GEN 1:1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.
GEN 1:2 Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
GEN 1:3 Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè.
GEN 1:4 Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te separe limyè a avèk tenèb la.
GEN 1:5 Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.
GEN 1:6 Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”.
GEN 1:7 Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk dlo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye.
GEN 1:8 Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
GEN 1:9 Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt.
GEN 1:10 Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon.
GEN 1:11 Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt.
GEN 1:12 Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo. Bondye te wè ke sa te bon.
GEN 1:13 Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
GEN 1:14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo;
GEN 1:15 ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt.
GEN 1:16 Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo.
GEN 1:17 Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè,
GEN 1:18 epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon.
GEN 1:19 Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
GEN 1:20 Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.”
GEN 1:21 Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman. Dlo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l. Bondye te wè ke sa te bon.
GEN 1:22 Bondye te beni yo. Li te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.”
GEN 1:23 Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.
GEN 1:24 Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt.
GEN 1:25 Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
GEN 1:26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
GEN 1:27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.
GEN 1:28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
GEN 1:29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou;
GEN 1:30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
GEN 1:31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
GEN 2:1 Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lame yo.
GEN 2:2 Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo.
GEN 2:3 Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.
GEN 2:4 Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a te fè tè a avèk syèl la.
GEN 2:5 Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a.
GEN 2:6 Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li.
GEN 2:7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
GEN 2:8 Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a.
GEN 2:9 Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
GEN 2:10 Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè.
GEN 2:11 Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Havila, kote ki gen lò a.
GEN 2:12 Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la.
GEN 2:13 Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la.
GEN 2:14 Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate.
GEN 2:15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
GEN 2:16 Senyè Bondye a te kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje,
GEN 2:17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri.”
GEN 2:18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.
GEN 2:19 Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm pou wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li.
GEN 2:20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
GEN 2:21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li.
GEN 2:22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
GEN 2:23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
GEN 2:24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”
GEN 2:25 Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.
GEN 3:1 Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”
GEN 3:2 Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo;
GEN 3:3 men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”
GEN 3:4 Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!”
GEN 3:5 Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.
GEN 3:6 Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.
GEN 3:7 Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.
GEN 3:8 Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an.
GEN 3:9 Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “Kote ou ye?”
GEN 3:10 Adam te reponn: “Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.”
GEN 3:11 Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a?
GEN 3:12 Lòm nan te di: “Fanm ke Ou te ban mwen an, li te ban m ladann, e mwen te manje.”
GEN 3:13 Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.”
GEN 3:14 SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou.
GEN 3:15 Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”
GEN 3:16 A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”
GEN 3:17 Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou.
GEN 3:18 Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an.
GEN 3:19 Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”
GEN 3:20 Alò, lòm nan te rele fanm li an Eve, paske se li ki te manman a tout vivan yo.
GEN 3:21 SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo.
GEN 3:22 Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—”
GEN 3:23 Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.
GEN 3:24 Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone cheriben an avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a.
GEN 4:1 Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève. Li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain. Konsa, li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:”
GEN 4:2 Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.
GEN 4:3 Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a.
GEN 4:4 Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la,
GEN 4:5 men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.
GEN 4:6 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa?
GEN 4:7 Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”
GEN 4:8 Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li.
GEN 4:9 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”
GEN 4:10 Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a.
GEN 4:11 Koulye a ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an.
GEN 4:12 Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”
GEN 4:13 Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte!
GEN 4:14 Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”
GEN 4:15 Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.
GEN 4:16 Konsa, Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou tèren Nod nan pati lès Eden an.
GEN 4:17 Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Hénoc, menm non ak fis li a.
GEN 4:18 Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin papa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec.
GEN 4:19 Lémec te pran pou li de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla.
GEN 4:20 Ada te bay nesans a Jabal. Li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo, e ki te okipe bèt yo.
GEN 4:21 Frè li a te rele Jubal. Li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo.
GEN 4:22 Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama.
GEN 4:23 Lémec te di a madanm li yo: “Ada avèk Tsilla, koute vwa m. Nou menm ki madanm a Lémec yo; byen okipe pawòl mwen. Paske mwen te touye yon mesye akoz ke li blese m; e yon gason akoz li frape m.
GEN 4:24 Si Cain vanje sèt fwa, alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.”
GEN 4:25 Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li, epi li te bay nesans a yon fis. Li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, paske Cain te touye li”.
GEN 4:26 Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis, epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.
GEN 5:1 Sa se liv jenerasyon Adan yo. Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l nan imaj Bondye.
GEN 5:2 Li te kreye yo mal avèk femèl. Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm. Sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a.
GEN 5:3 Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l. Li te rele li Seth.
GEN 5:4 Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi.
GEN 5:5 Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane. Konsa, li te vin mouri.
GEN 5:6 Seth te viv san-senkant ane, e li te vin papa Énosch.
GEN 5:7 Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis ak fi.
GEN 5:8 Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri.
GEN 5:9 Énosch te viv katre-ven-dis ane, e li te vin papa a Kénan.
GEN 5:10 Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi.
GEN 5:11 Alò, tout jou a Énosch yo te nèf-san-senk ane, e li te vin mouri.
GEN 5:12 Kénan te viv pandan swasann-dis ane, e li te vin papa a Mahalaléel.
GEN 5:13 Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te fin fè Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
GEN 5:14 Alò, tout jou a Kénan yo te nèf-san-dis ane, e li te mouri.
GEN 5:15 Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred.
GEN 5:16 Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi.
GEN 5:17 Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri.
GEN 5:18 Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc.
GEN 5:19 Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
GEN 5:20 Paske, tout jou a Jred yo te nèf-san-swasann-de ane, e li te vin mouri.
GEN 5:21 Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah.
GEN 5:22 Alò, Hénoc te mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi.
GEN 5:23 Paske tout jou Hénoc yo te twa-san-swasant-senk ane.
GEN 5:24 Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te pran l.
GEN 5:25 Methuschélah te viv pandan san-katre-ven-sèt ane, e li te vin papa a Lémec.
GEN 5:26 Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi.
GEN 5:27 Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri.
GEN 5:28 Lémec te viv san-katre-ven-de ane, e li te vin papa a yon fis.
GEN 5:29 Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.”
GEN 5:30 Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi.
GEN 5:31 Paske tout jou a Lémec yo te sèt-san-swasann-dis-sèt ane, e li te vin mouri.
GEN 5:32 Noé te gen laj senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet.
GEN 6:1 Alò, li te rive ke lè lèzòm te kòmanse miltipliye sou sifas tè a, e yo te fè pitit fi,
GEN 6:2 ke fis Bondye yo te wè ke fi lèzòm yo te bèl. Konsa, yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi.
GEN 6:3 Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane.”
GEN 6:4 Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te antre nan pitit fi a lòm yo, e te fè pitit avèk yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo.
GEN 6:5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.
GEN 6:6 Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a, e sa te blese Li nan kè L.
GEN 6:7 SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo.”
GEN 6:8 Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a.
GEN 6:9 Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo. Noé se te yon moun ak ladwati, san fot nan tan pa li a. Noé te mache avèk Bondye.
GEN 6:10 Noé te vin papa twa fis: Sem, Cham, ak Japhet.
GEN 6:11 Alò tè a te vin konwonpi nan zye Bondye, e latè te vin plen ak vyolans.
GEN 6:12 Bondye te gade sou latè, e gade byen, li te vin konwonpi; paske tout chè te vin konwonpi sou tè a nan jan yo te mache.
GEN 6:13 Alò, Bondye te di a Noé: “Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè.
GEN 6:14 Fè pou kont ou yon lach avèk bwa gofè. Ou va fè l avèk chanm, e kouvri li anndan kon deyò avèk kòl rezin.
GEN 6:15 Se konsa ke ou va fè l: longè lach la va twa san koude (18 pous se yon koude), lajè li va senkant koude, e wotè li va trant koude.
GEN 6:16 Ou va fè yon fenèt pou lach la, fè l rive yon koude mwens ke wotè li. Konsa, plase pòt lach la rive sou de kote li yo. Fè li ak pi ba, dezyèm, avèk twazyèm etaj.
GEN 6:17 “Gade byen, Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la. Tout bagay ki sou latè va peri.
GEN 6:18 “Men Mwen va etabli akò Mwen avèk ou. Konsa, ou va antre nan lach la—ou menm avèk fis ou yo, avèk madanm ou yo, madanm a fis ou yo ansanm avèk ou.
GEN 6:19 “Epi soti nan tout chè de tout kalite bèt k ap viv, ou va pote de nan chak espès pou antre nan lach la, pou kenbe yo vivan ak nou. Konsa, yo va mal avèk femèl.
GEN 6:20 “Nan zwazo yo selon espès pa yo, nan bèt yo selon espès pa yo, chak sa ki kouri atè reptil selon espès pa l. De nan chak espès va vin kote ou, pou ou ka kenbe yo toujou vivan.
GEN 6:21 Pou ou menm, pran pou pwòp tèt ou kèk nan tout bagay ki kab manje, e rasanble yo pou ou menm. Yo va sèvi pou ou kòm manje pou ou, ak pou yo.”
GEN 6:22 Konsa Noé te fè l. Selon tout sa ke Bondye te kòmande li, se konsa li te fè l.
GEN 7:1 Konsa, SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a.
GEN 7:2 Ou va pran avèk ou sèt nan chak bèt ki pwòp, yon mal avèk yon femèl parèy li. Nan bèt ki pa pwòp yo, yon mal avèk yon femèl parèy li.
GEN 7:3 Anplis, nan zwazo nan syèl la pa sèt, mal avèk femèl, pou kenbe pòtre yo vivan sou tout sifas tè a.
GEN 7:4 Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit. Konsa, Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.”
GEN 7:5 Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la.
GEN 7:6 Alò, Noé te gen laj sis-san ane lè delij la te vini sou latè.
GEN 7:7 Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la.
GEN 7:8 Nan bèt ki te pwòp yo, avèk bèt ki pa pwòp yo, zwazo avèk tout sa ki kouri atè yo,
GEN 7:9 tout te antre nan lach la ak Noé, de pa de, mal avèk femèl, jan Bondye te kòmande Noé a.
GEN 7:10 Li te rive apre sèt jou ke dlo delij la te vini sou latè.
GEN 7:11 Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri.
GEN 7:12 Lapli te tonbe sou latè pandan karant jou, ak karant nwit.
GEN 7:13 O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la,
GEN 7:14 yo menm avèk chak bèt selon espès yo, tout bèt domestik selon espès pa yo, tout reptil ki kouri atè selon espès pa yo, ak tout kalite zwazo.
GEN 7:15 Epi yo te antre nan lach la vè Noé, pa de nan tout chè ki te gen souf lavi.
GEN 7:16 Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.
GEN 7:17 Konsa delij la te vini sou latè a pandan karant jou. Dlo a te vin ogmante e te leve lach la jis li rive anwo tè a.
GEN 7:18 Dlo a te monte. Li te ogmante anpil sou tè a, e lach la te monte sou dlo a.
GEN 7:19 Dlo a te vin monte plis toujou sou tè a, jis tout mòn toupatou anba syèl la te vin kouvri.
GEN 7:20 Dlo a te vin monte pou kenz koude anplis, e mòn yo te vin kouvri.
GEN 7:21 Tout chè ki t ap fè mouvman sou tè a te vin peri, zwazo avèk bèt domestik avèk bèt sovaj, e chak ensèk ki vole ansanm sou latè, ak tout moun.
GEN 7:22 Tout sa ki te sou tè sèk la, ki te gen souf lavi nan nen yo te vin mouri.
GEN 7:23 Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè a nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la.
GEN 7:24 Dlo a te monte kouvri tout tè a pandan san-senkant jou.
GEN 8:1 E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la. Konsa, Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.
GEN 8:2 Sous nan fon yo te vin fèmen. Pòtay lapli nan syèl la te fèmen, e lapli ki te sòti nan syèl la te sispann.
GEN 8:3 Dlo a te bese ofiramezi sou tè a. E apre san-senkant jou, dlo a te vin mwens.
GEN 8:4 Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la.
GEN 8:5 Dlo a te bese toujou jis nan dizyèm mwa a. Nan dizyèm mwa, nan premye jou mwa a, tèt mòn yo te vin vizib.
GEN 8:6 Alò, li te vin rive ke lè karant jou yo fin pase, Noé te ouvri fenèt lach la, ke li te fè a.
GEN 8:7 Konsa, li te voye deyò yon kònèy zwazo nwa ki te vole de yon kote a lòt jiskaske dlo a te vin seche sou tè a.
GEN 8:8 Epi li te voye deyò yon toutrèl sòti kote li, pou wè si dlo a te bese sou fas tè a,
GEN 8:9 men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout tè a. Alò, li te lonje men l deyò, li te pran l, e li te fè l antre nan lach la vè li menm.
GEN 8:10 Li te tann pou yon lòt sèt jou ankò, e li te revoye toutrèl la soti nan lach la.
GEN 8:11 Toutrèl la te vin kote l vè aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou tè a.
GEN 8:12 Alò, li te tann pou yon lòt sèt jou. Li te revoye toutrèl la, e li pa t retounen kote li ankò.
GEN 8:13 Alò, li te vin rive ke nan sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite tè a. Konsa, Noé te retire kouvèti lach la. Li te gade, e gade byen, sifas tè a te vin sèch.
GEN 8:14 Nan dezyèm mwa, nan venn-sèt jou nan mwa a, tè a te sèch.
GEN 8:15 Alò, Bondye te pale avèk Noé. Li te di:
GEN 8:16 Sòti nan lach la, ou menm avèk madanm ou, fis ou yo, avèk madanm a fis ou yo.
GEN 8:17 Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou tè a.
GEN 8:18 Alò, Noé te sòti, ak fis li yo avèk madanm li, e madanm a fis li yo.
GEN 8:19 Chak bèt, chak reptil ki kouri atè, e chak zwazo, tout bagay ki fè mouvman sou latè yo, te sòti nan lach la selon espès pa yo.
GEN 8:20 Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.
GEN 8:21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.
GEN 8:22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”
GEN 9:1 Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.
GEN 9:2 Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la. Tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout livre nan men nou.
GEN 9:3 Chak bagay ki fè mouvman e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou. Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.
GEN 9:4 “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li.
GEN 9:5 Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.
GEN 9:6 “Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm.
GEN 9:7 Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”
GEN 9:8 Alò, Bondye te pale avèk Noé ak fis li yo avè l. Li te di:
GEN 9:9 “Gade byen, Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo,
GEN 9:10 epi avèk chak kreyati vivan ki avè w: zwazo, bèt kay yo, ak chak bèt ki sou latè avèk nou, tout sa ki sòti nan lach la, menm chak bèt sou tè a.
GEN 9:11 “Mwen etabli akò Mwen avèk nou: Tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.”
GEN 9:12 Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo.
GEN 9:13 Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a.
GEN 9:14 Li va rive ke lè m mennen yon nwaj sou latè, ke lakansyèl la ap vizib nan nwaj la,
GEN 9:15 epi Mwen va sonje akò ki antre Mwen menm avèk nou an, avèk chak kreyati vivan de tout chè. Epi janmen ankò dlo p ap vin yon delij pou detwi tout chè.
GEN 9:16 “Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.”
GEN 9:17 Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.”
GEN 9:18 Alò, fis Noé yo ki te soti nan lach la se te Sem, Cham, ak Japhet. Epi Cham te papa Canaan.
GEN 9:19 Twa sila yo se te fis Noé yo, e nan twa sila yo tout tè a te vin peple.
GEN 9:20 Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a. Li te plante yon chan rezen.
GEN 9:21 Li te bwè diven, e li te vin sou. Konsa li te dekouvri kò li anndan tant li an.
GEN 9:22 Cham, papa Canaan nan, te wè papa li toutouni, e li te pale sa a frè l yo deyò a.
GEN 9:23 Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo. Figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li.
GEN 9:24 Lè Noé te leve nan dòmi aprè diven an, li te konnen sa ke pi jenn fis li a te fè l la.
GEN 9:25 Konsa li te di: “ Canaan se modi. Se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.”
GEN 9:26 Li te di osi: “Beni se SENYÈ a, Bondye a Cham nan. Canaan va sèvitè li.
GEN 9:27 Ke Bondye agrandi Japhet. Kite li viv nan tant Sem yo. Kite Canaan vin sèvitè li.”
GEN 9:28 Noé te viv twa-san-senkant ane aprè delij la.
GEN 9:29 Alò, tout jou a Noé yo te nèf-san-senkant ane, e li te mouri.
GEN 10:1 Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo. Fis te ne pou yo apre delij la.
GEN 10:2 Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras.
GEN 10:3 Fis Gomer yo te Aschkenaz, Riphat avèk Togarma.
GEN 10:4 Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim.
GEN 10:5 Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan tèritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo.
GEN 10:6 Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan.
GEN 10:7 Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan.
GEN 10:8 Cush te fè osi Nimrod. Li te kòmanse vin pwisan sou latè.
GEN 10:9 Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a. Akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.
GEN 10:10 Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo.
GEN 10:11 De tèritwa sila a, li te antre nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach,
GEN 10:12 Avèk Résen antre Ninive e Calach, ki se gran vil la.
GEN 10:13 Mitsraïm te devni papa Ludim, Anamim, Lehabim ak Naphtuhim.
GEN 10:14 Avèk Patrusim ak Casluhim (kote Filisten yo te sòti a) avèk Caphtorim.
GEN 10:15 Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk Heth;
GEN 10:16 epi Jebizyen yo avèk Amoreyen yo, ak Gigazyen yo,
GEN 10:17 Evyen yo, Akyen yo, avèk Sinyen yo,
GEN 10:18 avèk Avadyen yo, Tsemaryen yo, Amatyen yo, e apre, fanmi Canaran an te gaye toupatou.
GEN 10:19 Tèritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza, kote lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha.
GEN 10:20 Sa yo se fis Cham yo selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon tèritwa yo, selon nasyon pa yo.
GEN 10:21 Osi a Sem, papa a tout pitit Héber yo, e pi gran frè pou Japhet te fè pitit.
GEN 10:22 Fis a Sem yo te Élam, Assur, Arpacschad, Lud, avèk Aram.
GEN 10:23 Fis Aram yo te Uts, Hul, Guéter avèk Masch.
GEN 10:24 Arpacschad te fè Schélach, epi Schélach te fè Héber.
GEN 10:25 Konsa, te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize. Epi frè l la te rele Jokthan.
GEN 10:26 Jokthan te vin papa Almonad ak Schéleph, Hatsarmaveth, Jrach,
GEN 10:27 Hadoram, Uzal, Dikla,
GEN 10:28 Obal, Abimaël, Séba,
GEN 10:29 Ophir, Havila ak Jbab. Tout sa yo te fis pou Jokthan.
GEN 10:30 Alò andwa kote yo te rete te rive jis nan Méscha lè nou ale vè Sephar, tèritwa mòn lès la.
GEN 10:31 Men sila ki se fis Sem yo, selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon tèritwa yo, selon nasyon yo.
GEN 10:32 Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, selon nasyon pa yo. Konsa, depi nan sa yo, nasyon yo te separe sou latè apre delij la.
GEN 11:1 Alò, tout latè te sèvi avèk menm lang avèk menm mo.
GEN 11:2 Konsa, li te rive ke pandan yo t ap vwayaje vè lès, ke yo te twouve yon gran plèn nan peyi ki rele Schinear, e yo te vin rete la.
GEN 11:3 Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye.
GEN 11:4 Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la. Konsa, annou fè pou pwòp tèt nou yon gran non, sof ke sa, nou va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.”
GEN 11:5 SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a.
GEN 11:6 Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen menm lang, epi men sa ke yo kòmanse fè. Konsa, nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche.
GEN 11:7 Vini, annou desann e konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.”
GEN 11:8 Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a, e yo te sispann bati gran vil la.
GEN 11:9 Pou koz sa a, yo te rele non vil la Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou sifas a tout tè a.
GEN 11:10 Sa yo se te achiv pou tout jenerasyon a Sem yo. Sem te gen laj santan, lè l te vin papa a Arpacschad, dez ane apre delij la.
GEN 11:11 Epi Sem te viv senk-santan dèzane apre li te vin papa a Arpacschad. Li te gen lòt fis ak fi.
GEN 11:12 Arpacschad te viv trann-senk ane, lè l te vin papa a Schélach.
GEN 11:13 Konsa, Arpacschad te viv kat-san-twa lane apre li te vin papa a Schélach, e li te gen lòt fis ak fi.
GEN 11:14 Schélach te viv trantan, e li te vin papa a Héber;
GEN 11:15 epi Schélach te viv kat-san-twa-lane apre li te vin papa a Héber. Li te gen lòt fis ak fi.
GEN 11:16 Héber te viv pandan trann-kat ane, lè l te devni papa a Péleg;
GEN 11:17 epi konsa, Héber te viv pandan kat-san-trant ane apre li te vin papa a Péleg, e li te gen lòt fis ak fi.
GEN 11:18 Péleg te viv pandan trant ane, lè l te vin papa a Reu.
GEN 11:19 Konsa, Péleg te viv pandan de-san-nèf ane apre li te vin papa a Rehu, e li te gen lòt fis ak fi.
GEN 11:20 Rehu te viv pandan trann-de ane, lè l te vin papa a Serug.
GEN 11:21 Rehu te viv pandan de-san-sèt ane apre li te vin papa a Serug, e li te gen lòt fis ak fi.
GEN 11:22 Serug te viv pandan trant ane lè l te vin papa a Nachor.
GEN 11:23 Epi Serug te viv de-san ane apre li te vin papa a Nachor, e li te fè lòt fis ak fi.
GEN 11:24 Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach;
GEN 11:25 epi Nachor te viv san-diz-nèf ane apre li te vin papa a Térach, e li te gen lòt fis ak fi.
GEN 11:26 Térach te viv swasann-dis ane, e li te vin papa a Abram, Nachor, ak Haran.
GEN 11:27 Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. Haran te fè Lot.
GEN 11:28 Haran te mouri nan prezans papa li, Térach nan peyi nesans li, nan Ur pou Kaldeyen yo.
GEN 11:29 Abram avèk Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te Saraï, e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca.
GEN 11:30 Saraï te esteril. Li pa t fè pitit.
GEN 11:31 Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.
GEN 11:32 Jou a Térach yo te de-san-senk ane. Térach te vin mouri Haran.
GEN 12:1 Alò, SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou.
GEN 12:2 Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon.
GEN 12:3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”
GEN 12:4 Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la. Lot te ale avè l. Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran.
GEN 12:5 Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, e yo te pati pou peyi Canaan an. Konsa yo te rive Canaan.
GEN 12:6 Abram te pase nan peyi a jis rive Sichem, nan chenn Moré yo. Alò nan tan sa a, Kanaaneyen yo te nan peyi a.
GEN 12:7 SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.
GEN 12:8 Alò, li te kontinye depi la nan mòn nan, nan lès Béthel. Li te monte tant li, avèk Béthel nan lwès, ak Aï nan lès. La li te bati yon lotèl a SENYÈ a, e li te rele non a SENYÈ a.
GEN 12:9 Abram te vwayaje toujou vè Negev.
GEN 12:10 Alò te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki fè Abram desann an Égypte pou pase yon tan, akoz gwo grangou a te tèlman di nan peyi a.
GEN 12:11 Li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se yon fanm ki tèlman bèl!
GEN 12:12 Lè Ejipsyen yo wè ou, yo va di: ‘Sa se madanm li.’ Konsa, yo va touye mwen, men yo va kite ou viv.
GEN 12:13 Souple, di ke se sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.”
GEN 12:14 Li te vin rive ke lè Abram te antre Égypte, ke Ejipsyen yo te wè ke fanm nan te byen bèl.
GEN 12:15 Ofisyèl Farawon yo te wè li e te pote lwanj li bay Farawon. Konsa, yo te pran fanm nan fè l antre lakay Farawon an.
GEN 12:16 Pou sa li te trete Abram byen pou koz li. Li te bay li mouton avèk bèf kabwa avèk bourik, ak sèvitè, ni mal ni femèl, ak femèl bourik avèk chamo.
GEN 12:17 Men SENYÈ a te frape Farawon avèk gwo malè yo akoz Saraï, madanm Abram nan.
GEN 12:18 Epi Farawon te rele Abram. Li te di li: “Kisa ou fè m la a? Poukisa ou pa t di mwen ke li te madanm ou?
GEN 12:19 Poukisa ou te di: Li se sè m, pou m te pran l kòm madanm mwen? Alò, men madanm ou, pran l ale.”
GEN 12:20 Farawon te kòmande mesye pa l yo konsènan li, epi yo te akonpanye l ale, avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li yo.
GEN 13:1 Alò, Abram te monte kite Égypte vè Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li.
GEN 13:2 Epi Abram te trè rich nan bèt, lajan ak nan lò.
GEN 13:3 Li te fè vwayaj li yo ki sòti Negev pou rive jis Béthel, nan plas kote tant li a te ye nan kòmansman an, antre Béthel avèk Ai,
GEN 13:4 jis rive nan plas lotèl ke li te fè la oparavan an. Epi la Abram te rele non SENYÈ a.
GEN 13:5 Alò, Lot, ki te ale avèk Abram, osi te gen bann mouton, twoupo, avèk tant.
GEN 13:6 Epi tè a pa t kapab sipòte yo toude pou rete ansanm, paske byen yo te tèlman gran ke yo pa t kab rete ansanm.
GEN 13:7 Epi te gen konfli antre bèje bèt Abram, ak bèje bèt Lot yo. Epi te gen Kanaaneyen yo avèk Ferezyen yo ki te rete nan peyi a.
GEN 13:8 Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye.
GEN 13:9 Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe. Si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat. Oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”
GEN 13:10 Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.
GEN 13:11 Konsa, Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt.
GEN 13:12 Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.
GEN 13:13 Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.
GEN 13:14 SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve zye ou pou gade depi plas la kote ou ye a; vè nò, vè sid, vè lès ak lwès.
GEN 13:15 Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, ak desandan ou yo pou tout tan.
GEN 13:16 “Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.
GEN 13:17 Leve, mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”.
GEN 13:18 Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.
GEN 14:1 Li te rive nan jou Amraphel yo, wa Schinear a, ke Arjoc, wa Ellasar a, Kedorlaomer, wa Élam nan, avèk Tideal, wa Gojim nan,
GEN 14:2 ke yo te vin fè lagè avèk Béra, wa Sodome nan, e avèk Birscha, wa Gomorrhe a, Schineab, wa Adma a, ak Schémbeébern wa Tseboïm nan, avèk wa a Béla a, ki se Tsoar.
GEN 14:3 Tout sila yo te vini nan yon alyans nan vale Siddim nan (sa vle di Lanmè Sèl la).
GEN 14:4 Pandan douz ane yo te sèvi Kedorlaomer, men nan trèzyèm ane a, yo te revòlte.
GEN 14:5 Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim lan nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm.
GEN 14:6 Avèk Oryen yo nan mòn pa yo nan Séir jiska distans rive nan Al-Paran, ki touprè dezè a.
GEN 14:7 Epi yo vin retounen rive nan En-Mischpath, (ki se Kadès), e yo te bat Amalesit yo nan tout peyi yo, e osi Amoreyen ki te rete Hatsatson-Thamar yo.
GEN 14:8 Epi wa Sodome nan avèk wa Gomorrhe a avèk wa Adma ak wa Tseboïm nan, e wa Béla a, (ki se Tsoar); te vin parèt. Yo ranje yo pou fè batay kont yo nan vale Siddim nan,
GEN 14:9 kont Kedorlaomer wa Élam nan, Tideal, wa Gojim nan, Amraphel, wa Schinear nan, ak Arjoc, wa Ellasar a; kat wa kont senk.
GEN 14:10 Alò, vale Siddim nan te ranpli avèk fon azfòt yo, epi wa Sodome avèk Gomorrhe yo te sove ale, e kèk tonbe la. Men sila ki te chape yo te sove ale, rive nan tèt mòn yo.
GEN 14:11 Yo te pran tout byen Sodome avèk Gomorrhe yo avèk tout manje yo te genyen, e yo te pati.
GEN 14:12 Anplis, yo te pran Lot, neve a Abram nan avèk tout byen li, e yo te pati, paske li t ap viv Sodome.
GEN 14:13 Alò, yon moun ki te sove ale te vin di Abram, Ebre a, tout sa. Alò, li t ap viv bò kote chenn Mamré yo, Amoreyen sila a, frè Eschcol e frè Aner, ki te fè yon alyans avèk Abram.
GEN 14:14 Lè Abram te tande ke moun fanmi li te pran an kaptivite, li te Mennen dèzòm ki te enstwi, twa-san-diz-uit òm ki te elve nan kay li pou te pouswiv yo jis rive nan Dan.
GEN 14:15 Li te divize ekip li yo kont yo nan lannwit. Epi li avèk sèvitè li yo te bat yo, e yo te kouri dèyè yo jis rive Choba, ki nan nò Damas la.
GEN 14:16 Li te mennen fè retounen tout byen yo. Anplis, li te mennen tounen moun fanmi li an, Lot, avèk byen pa l, fanm, avèk lòt moun yo.
GEN 14:17 Apre Abram te sòti nan masak Kédorlaomer ak wa ki te avè l yo, wa Sodome nan te sòti pou rankontre l nan vale Schavé a, (sa vle di Vale a Wa a).
GEN 14:18 Konsa, Melchisédek, wa Salèm nan te mennen pote pen avèk diven. Alò li menm se te yon prèt a Bondye Pi Wo a.
GEN 14:19 Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pi Wo a, Mèt Syèl la ak tè a.
GEN 14:20 Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.” Abram te bay li yon dim de tout bagay.
GEN 14:21 Wa Sodome nan te di Abram: “Ban mwen moun yo, e ou mèt pran byen yo pou ou menm.”
GEN 14:22 Abram te di a Wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, Mèt sou syèl la avèk tè a,
GEN 14:23 ke mwen p ap pran menm yon fisèl oswa yon sandal, ni yon las, ni anyen ki pou ou, akoz laperèz ke ou ta di ‘se ou ki fè Abram vin rich’.
GEN 14:24 Mwen p ap pran anyen sof ke sa ke jennonm yo te manje, ak pòsyon pou mesye ki te ale avè m yo, Aner, Eschcol, avèk Mamré; kite yo pran pòsyon pa yo.”
GEN 15:1 Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”
GEN 15:2 Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?”
GEN 15:3 Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”
GEN 15:4 Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”
GEN 15:5 Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”
GEN 15:6 Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.
GEN 15:7 Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Ur a Kaldeyen yo, pou bay ou peyi sa a pou posede li.”
GEN 15:8 Abram te di: “O Senyè BONDYE, kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vre?”
GEN 15:9 Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twazan, yon femèl kabrit twazan, yon mal mouton nan twazan, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.”
GEN 15:10 Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de mòso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li pa t koupe zwazo yo.
GEN 15:11 Zwazo ki manje vyann yo te desann sou kò bèt yo, e Abram te chase yo ale.
GEN 15:12 Alò, lè solèy la t ap desann, yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.
GEN 15:13 Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e va oprime pandan kat-san ane.
GEN 15:14 Men mwen va osi jije nasyon ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen.
GEN 15:15 Men pou ou menm, ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse.
GEN 15:16 Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske inikite Amoreyen yo poko fini.”
GEN 15:17 Li vin rive ke lè solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon tòch k ap fè lafimen avèk yon flanbo te pase antre mòso sa yo.
GEN 15:18 Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate,
GEN 15:19 peyi a Kenyen yo, Kenizyen yo, Kadmonyen yo,
GEN 15:20 Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo,
GEN 15:21 Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebizyen yo.”
GEN 16:1 Alò, Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon sèvant Ejipsyen ki te rele Agar.
GEN 16:2 Konsa, Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an. Petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï.
GEN 16:3 Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li.
GEN 16:4 Li te al jwenn Agar, li te vin ansent, epi lè l te wè ke li te ansent, mètrès li a te vin meprize nan zye li.
GEN 16:5 Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”
GEN 16:6 Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou. Fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.” Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li.
GEN 16:7 Alò zanj lan te twouve li akote yon sous dlo nan savann nan, vè sous la nan wout chemen ki ale Schur la.
GEN 16:8 Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”
GEN 16:9 Epi zanj SENYÈ a te di li: “Retounen bò kote mètrès ou, e soumèt ou anba otorite l.”
GEN 16:10 Plis ke sa, zanj SENYÈ a te di li: “Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.”
GEN 16:11 Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis. Epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo.
GEN 16:12 Li va yon nonm tankou bourik mawon. Men li va kont tout moun, e men a tout moun va kont li. Epi li va viv yon jan ki kont tout frè li yo.”
GEN 16:13 Epi li te rele non SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”, paske li te di: “Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”?
GEN 16:14 Pou sa, pwi a te rele Lachaï-roi. Gade byen, li la antre Kadès ak Bared.
GEN 16:15 Alò, Agar te fè yon fis pou Abram. E Abram te rele fis li a, ke Agar te fè a, Ismaël.
GEN 16:16 Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a.
GEN 17:1 Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.
GEN 17:2 Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak Ou, e Mwen va miltipliye ou anpil, anpil.”
GEN 17:3 Abram te tonbe atè sou figi li. Bondye te pale avèk li, e te di:
GEN 17:4 “Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a. Ou va papa a yon gran kantite nasyon.
GEN 17:5 Yo p ap rele ou Abram ankò, men non ou va Abraham, paske Mwen ap fè ou papa a yon gran kantite nasyon.
GEN 17:6 “M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e wa yo va soti nan ou menm.
GEN 17:7 “Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo.
GEN 17:8 “Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo.”
GEN 17:9 Bondye te di anplis a Abraham: “Koulye a pou ou, ou va kenbe akò Mwen an, ou menm avèk desandan apre ou yo pou tout jenerasyon.
GEN 17:10 Sa se akò Mwen, ke nou va kenbe antre Mwen ak nou menm, e desandan apre nou yo: chak mal pami nou va vin sikonsi.
GEN 17:11 “ “Nou va sikonsi nan chè sou avan chè nou, e sa ap sèvi kòm sign akò antre Mwen ak nou.
GEN 17:12 Epi chak mal antre nou ki gen uit jou va sikonsi selon tout jenerasyon nou yo, e osi yon sèvitè ki fèt lakay ou, oswa ki achte avèk lajan a nenpòt etranje ki pa sòti nan desandan pa nou yo.
GEN 17:13 Yon sèvitè ki fèt lakay nou, oswa ki te achte avèk lajan nou va asireman vin sikonsi; konsa akò Mwen va nan chè nou, yon akò pou tout tan.
GEN 17:14 Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a. Li vyole akò Mwen an.”
GEN 17:15 Epi Bondye te di a Abraham: “Konsènan madanm ou, Saraï, ou pa pou rele li Saraï, men Sarah va non li.
GEN 17:16 Mwen va beni li, Mwen va bay ou yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon. Wa a pèp yo va sòti nan li.”
GEN 17:17 Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm santan? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?”
GEN 17:18 Konsa, Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!”
GEN 17:19 Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac. Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo.
GEN 17:20 “Pou Ismaël, Mwen te tande ou. Gade byen, Mwen va fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon.
GEN 17:21 “Men akò Mwen an, Mwen va etabli li avèk Isaac, ke Sarah va fè pou ou nan menm sezon sa a, lane pwochèn.”
GEN 17:22 Lè Li te fin pale avèk li, Bondye te monte kite Abraham.
GEN 17:23 Alò, Abraham te pran Ismaël, fis li a, tout sèvitè ki te fèt nan kay li, tout ki te achte avèk lajan li, chak mal pami mesye lakay Abraham yo, e li te sikonsi prepis yo nan menm jou sa a jan Bondye te di li a.
GEN 17:24 Alò, Abraham te gen katre-ven-diz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.
GEN 17:25 Epi Ismaël, fis li a te gen trèz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.
GEN 17:26 Nan menm jou sa a, Abraham te sikonsi, ansanm ak fis li, Ismaël.
GEN 17:27 Tout gason lakay li yo, ki te fèt lakay li, ki te achte avèk lajan nan men moun etranje, te sikonsi avèk li.
GEN 18:1 Alò, SENYÈ a te parèt a li nan bwadchenn Marmré yo pandan li te chita akote pòt tant lan nan chalè jounen an.
GEN 18:2 Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.
GEN 18:3 Li te di: “SENYÈ mwen, si koulye a mwen vin twouve favè nan zye nou, souple, pa pase lwen sèvitè nou an.
GEN 18:4 Souple, kite yon ti dlo ta pote pou lave pye nou, e repoze nou anba pyebwa a.
GEN 18:5 Konsa, mwen va pote yon mòso pen, pou nou kapab rafrechi nou menm; apre sa nou kapab kontinye, depi nou fin vizite sèvitè nou an.” Epi yo te di: “Fè sa ke ou di a.”
GEN 18:6 Epi Abraham te kouri antre nan tant lan vè Sarah, e te di: “Fè vit, prepare twa mezi farin fen, byen bat li, e fè gato pen.”
GEN 18:7 Abraham osi te kouri nan pak bèf, li te pran yon jenn bèf byen mou, byen chwazi, e li te bay li a sèvitè li, ki te fè vit pou prepare li.
GEN 18:8 Li te pran bòl lèt kaye yo avèk lèt fre ak jèn bèf ke li te prepare, e te plase li devan yo; epi li te kanpe bò kote yo anba pyebwa a pandan yo t ap manje.
GEN 18:9 Alò, yo te di li: “Kote Sarah, madanm ou?” Epi li te di: “Nan tant lan”.
GEN 18:10 Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.” Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a.
GEN 18:11 Alò, Abraham ak Sarah te vye, byen avanse nan laj. Sarah te depase laj pou fè pitit.
GEN 18:12 Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?”
GEN 18:13 Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’
GEN 18:14 “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”
GEN 18:15 Sarah te demanti sa, e te di: “Mwen pa t ri non”; paske li te pè. Epi Li te di: “Non, men ou te ri.”
GEN 18:16 Alò, mesye yo te leve la e yo te gade pi ba vè Sodome; epi Abraham t ap mache avèk yo pou voye yo ale.
GEN 18:17 SENYÈ a te di: “Èske Mwen kab kache Abraham sa ke M prè pou M fè a,
GEN 18:18 paske Abraham va anverite vin yon gran nasyon byen fò, e nan li, tout nasyon yo va beni?
GEN 18:19 Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”
GEN 18:20 Epi SENYÈ a te di: “Gwo kri kont Sodome avèk Gomorrhe a byen gran, e peche pa yo grav depase.
GEN 18:21 Mwen va desann koulye a, pou wè si yo te fè tout bagay selon gwo kri sa a, ki te vin jwenn Mwen an; epi si se pa sa, m ap konnen.”
GEN 18:22 Alò, mesye yo te vire kite la, e te ale vè Sodome, pandan Abraham toujou kanpe devan SENYÈ a.
GEN 18:23 Abraham te vin pwoche, e te di L: “Èske Ou vrèman va fè disparèt moun dwat yo ansanm avèk mechan yo?
GEN 18:24 Sipoze ke gen senkant moun ki dwat nan vil la; èske vrèman Ou va fè l disparèt, e pa prezève kote a pou koz a senkant moun dwat ki ladann yo?
GEN 18:25 “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”
GEN 18:26 Epi SENYÈ a te di: “Si Mwen twouve nan Sodome, senkant moun dwat nan vil la, alò, Mwen va prezève tout pou koz a yo menm.”
GEN 18:27 Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke pousyè avèk sann.
GEN 18:28 Vin sipoze ke senkant dwat yo manke senk, èske Ou va detwi tout vil la akoz senk lan?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li si Mwen twouve karant-senk ki la.”
GEN 18:29 Epi li te pale ankò, e te di: “Sipoze ke gen karant ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap fè li pou koz a karant lan.”
GEN 18:30 Alò li te di: “O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?” Epi Li te di: “Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan.”
GEN 18:31 Epi li te di: “Koulye a byen gade, mwen te tante pale avèk SENYÈ a; sipoze se ven ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a ven yo.”
GEN 18:32 Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.”
GEN 18:33 Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li.
GEN 19:1 Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan. Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè.
GEN 19:2 Epi li te di: “Koulye a, gade byen, frè m yo, souple vire akote nan kay sèvitè ou a, pou pase nwit lan. Lave pye nou, pou nou kapab leve bonè pou fè wout nou.” Malgre sa, yo te di: “Non, men nou va pase nwit lan nan lari a.”
GEN 19:3 Men li te plede avèk yo avèk fòs. Konsa yo te vire akote vè li e te antre lakay li a, e li te prepare yon gwo manje pou yo. Anplis li te kwit pen san ledven a, e yo te manje.
GEN 19:4 Avan yo gen tan kouche, mesye Sodome yo te antoure kay la, ni jèn, ni vye, tout moun ki te sòti nan tout katye yo.
GEN 19:5 Konsa, yo te rele Lot e te di li: “Kote mesye sa yo ki te vin kote ou aswè a? Mennen yo bannou pou nou kapab antre an relasyon avèk yo.”
GEN 19:6 Men Lot te sòti kote yo nan pòtay la, e te fèmen pòt la dèyè l.
GEN 19:7 Li te di: “Souple, frè m yo, pa aji avèk mechanste.
GEN 19:8 Byen gade, mwen gen de fi ki pa janm antre an relasyon avèk yon gason. Souple, kite m mennen yo deyò pou nou, e fè avèk yo sa ke nou pito, men pa fè anyen avèk mesye sa yo, akoz se anba pwotèj twati mwen yo gen tan vini.”
GEN 19:9 Men yo te di: “Mete ou akote.” Anplis ke sa yo te di: “Sila te antre tankou etranje, e deja l ap aji kòm jij. Pou sa a, nou va trete ou pi mal pase yo.” Epi yo te peze rèd kont Lot, e yo te prèt pou kraze pòt la.
GEN 19:10 Men mesye yo nan kay la te lonje men yo rale Lot anndan avèk yo, e yo te fèmen pòt la.
GEN 19:11 Yo te frape mesye ki te nan pòtay kay la pou yo vin avèg, ni piti ni gran, pou yo fatige kò yo e pou yo pa t ka twouve pòt la.
GEN 19:12 Konsa, de mesye yo te di Lot: “Kilès ankò ke ou gen isit la? Yon bofis, fis ou yo, e nenpòt moun ou gen nan vil la, mennen yo sòti kite plas sa a,
GEN 19:13 paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li.”
GEN 19:14 Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè.
GEN 19:15 Lè maten an te rive, zanj yo te bourade Lot. Yo te di l: “Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la.”
GEN 19:16 Men li te fè reta. Pou sa, mesye sa yo te sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li. Yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la.
GEN 19:17 Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a. Sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.”
GEN 19:18 Men Lot de di yo: “Alò, li pa konsa, mèt mwen yo!
GEN 19:19 Koulye a gade byen, sèvitè nou an gen tan twouve favè nan zye nou, nou te montre jan mizerikòd nou gran nan sove vi m, men mwen p ap kapab chape nan mòn yo, paske malè a va gen tan rive sou mwen, e mwen va mouri.
GEN 19:20 Gade byen, vil sila a ase pre pou m sove ale ladann, e li piti. Souple, kite mwen chape pa la. Èske li pa piti? Konsa vi m kapab sove.”
GEN 19:21 Li te di li: “Gade byen, mwen ba ou demann sa a tou, pou pa detwi vil la sou sila ou te pale a.
GEN 19:22 Fè vit, chape rive la, paske mwen pa kapab fè anyen jiskaske ou rive la.” Pou sa yo te rele vil la Tsoar.
GEN 19:23 Solèy la te gen tan fin leve sou tè a lè Lot te rive Tsoar.
GEN 19:24 Epi SENYÈ a te fè souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou lapli sou Sodome avèk Gomorrhe.
GEN 19:25 Li te detwi vil sila yo, ak tout vale a, ak tout moun ki te rete nan vil yo, ansanm ak sa ki te grandi nan tè a.
GEN 19:26 Men madanm li ki te dèyè li te gade dèyè, e li te tounen yon pilye sèl.
GEN 19:27 Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te ale nan plas kote li te kanpe devan SENYÈ a,
GEN 19:28 epi li te gade anba vè Sodome avèk Gomorrhe, vè tout tèren nan vale a. Li te wè, e gade byen, lafimen te monte tankou lafimen ki sòti nan founo.
GEN 19:29 Se konsa li rive ke lè Bondye te detwi vil yo nan vale a, ke Li te sonje Abraham. Li te voye Lot deyò dega a, lè li te boulvèse vil yo nan sila Lot te rete yo.
GEN 19:30 Lot te kite Tsoar e monte. Li te rete nan mòn yo avèk de fi li yo avè l, paske li te pè rete Tsoar. Li te rete nan yon kav, li menm avèk de fis li yo.
GEN 19:31 Alò premye ne a te vin di a pi Jèn nan: “Papa nou vin vye, e nou pa gen gason sou latè pou vin antre nan nou apre sistèm sou tè a.
GEN 19:32 Vini, annou fè papa nou bwè diven, e annou kouche avè l pou nou kapab prezève fanmi nou an pa papa nou.”
GEN 19:33 Pou sa, yo te fè papa yo bwè diven menm nwit lan, e premye ne a te antre kouche avèk papa li. Li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a.
GEN 19:34 Jou swivan an, premye ne a te di a pi Jèn nan, “Gade byen, yè swa mwen te kouche avèk papa m. Annou fè li bwè diven aswè a tou, epi ou menm antre kouche avè l, pou nou prezève fanmi nou an ak papa nou.”
GEN 19:35 Alò, yo te fè papa yo bwè diven nan nwit lan tou, epi pi Jèn nan te leve e kouche avè l. Epi li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a.
GEN 19:36 Konsa tou de fi a Lot yo te vin ansent pa papa yo.
GEN 19:37 Premye ne a te fè yon fis, e li te rele non li Moab. Li se papa a Moabit yo jis rive jodi a.
GEN 19:38 Epi pou pi Jèn nan, li te fè yon fis tou, e li te rele li Ben-Ammi. Li se papa a tout fis Ammon yo jis rive jodi a.
GEN 20:1 Alò Abraham te vwayaje soti la vè peyi Negev la. Li te vin rete antre Kàdes ak Schur, e li te pase yon tan kon etranje nan Guérar.
GEN 20:2 Abraham te di selon Sarah, madanm li: “Li se sè mwen”. Alò, Abimélec, wa nan Guérar a te vin pran Sarah.
GEN 20:3 Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”
GEN 20:4 Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li, epi li te reponn: “Senyè, èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot?
GEN 20:5 Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘Li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”
GEN 20:6 Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen pa t kite ou touche li.
GEN 20:7 Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”
GEN 20:8 Konsa, Abimélec te leve granmmaten. Li te rele tout sèvitè li yo, e te di tout bagay sa yo pou yo tande. Mesye sa yo te gen gwo laperèz.
GEN 20:9 Alò, Abimélec te rele Abraham. Li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”:
GEN 20:10 Epi Abimélec te di a Abraham: “Sak rive ou ki fè ou fè bagay sa a?”
GEN 20:11 Abraham te di: “Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen lakrent Bondye nan plas sa a, e yo va touye mwen akoz madanm mwen.
GEN 20:12 Anplis de sa, vrèman li se sè mwen, fi a papa m, men pa fi a manman m, e li te vin madanm mwen.
GEN 20:13 Lè li te rive ke Bondye te fè m vwayaje pou kite kay papa m, mwen te di li: ‘Men yon gras ke ou va fè m: tout kote nou ale, di pa mwen menm: ‘Li se frè m.’’”
GEN 20:14 Konsa, Abimélec te pran mouton avèk bèf avèk sèvitè li yo, mal ak femèl. Li te bay yo a Abraham, e li te remèt madanm li, Sarah bay li.
GEN 20:15 Abimélec te di: “Byen gade, peyi mwen an devan ou. Etabli ou kote ou pito.”
GEN 20:16 A Sarah, li te di: “Byen gade, mwen te bay frè ou mil pyès an ajan. Veye byen, li se revandikasyon ou devan zye tout moun ki avèk ou. E devan tout moun, ke ou egzonore.”
GEN 20:17 Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit.
GEN 20:18 Paske SENYÈ a te fèmen vant a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.
GEN 21:1 Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la.
GEN 21:2 Alò, Sarah te vin ansent, e li te anfante yon fis pou Abraham nan vyeyès li, nan lè chwazi ke Bondye te pale li a.
GEN 21:3 Abraham te rele non a fis ki te fèt a li menm nan, ke Sarah te fè pou li a, Isaac.
GEN 21:4 Epi Abraham te sikonsi fis li a, Isaac lè l te gen laj uit jou, jan Bondye te kòmande li a.
GEN 21:5 Alò, Abraham te gen laj san ane lè fis li a, Isaac te vin fèt a li menm.
GEN 21:6 Sarah te di: “Bondye te fè m fè gwo ri. Tout moun ki tande va ri avèk mwen.”
GEN 21:7 Epi li te di: “kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Paske mwen ba li yon fis nan vyeyès li.”
GEN 21:8 Pitit la te grandi e li te vin sevre. Abraham te fè yon gwo fèt nan jou ke Isaac te sevre a.
GEN 21:9 Alò, Sarah te wè fis Agar a, Ejipsyen an, ke li te fè pou Abraham nan, t ap moke l.
GEN 21:10 Akoz sa, li te di Abraham: “Mete bòn sa a deyò ansanm avèk fis li a! Paske fis a sèvant sa a p ap vin eritye avèk fis mwen an, Isaac.”
GEN 21:11 Bagay sa a te twouble Abraham anpil akoz fis li a.
GEN 21:12 Men Bondye te di a Abraham: “Pa enkyete akoz pwoblèm jènjan sa a avèk sèvant ou an. Nenpòt sa ke Sarah di ou, koute li, paske se nan Isaac desandan ou yo va vin nome.
GEN 21:13 Ak fis sèvant lan, Mwen va fè yon nasyon tou, akoz ke li menm se desandan ou.”
GEN 21:14 Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.
GEN 21:15 Lè dlo ki te nan kwi a, te fin sèvi, li te kite jènjan an anba yon ti ab.
GEN 21:16 Alò, li te ale chita nan distans yon flèch kab tire, e li te di: “Pa kite m wè jènjan an k ap mouri.” Konsa, li te chita anfas li; li te leve vwa li, e li te kriye.
GEN 21:17 Bondye te tande jènjan an t ap kriye, epi zanj Bondye a te rele Agar depi nan Syèl la. Li te di l: “Kisa ou gen, Agar? Pa pè, paske Bondye te tande vwa jènjan an kote li ye a.
GEN 21:18 Leve, ale fè jènjan an leve, e kenbe li nan men, paske Mwen va fè yon gran nasyon ak li.”
GEN 21:19 Epi Bondye te ouvri zye l, e li te wè yon pwi dlo. Li te ale plen po a avèk dlo, e li te bay jènjan an bwè ladann.
GEN 21:20 Bondye te avèk jènjan an, e li te grandi. Li te viv nan dezè a e li te vin yon achè.
GEN 21:21 Li te viv nan dezè Paran an, e manman l te pran yon madanm pou li nan peyi Égypte la.
GEN 21:22 Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “Bondye avèk ou nan tout sa ou fè
GEN 21:23 Pou sa, fè sèman ban mwen menm isit la devan Bondye ke ou p ap twonpe ni mwen, ni pitit mwen yo, ni posterite mwen yo, men selon tout gras ke m te montre ou, ou va montre m tou, nan peyi kote ou te demere kon yon etranje a.”
GEN 21:24 Abraham te di: “Mwen fè sèman sa a.”
GEN 21:25 Men Abraham te plenyen bay Abimélec akoz pwi dlo ke sèvitè Abimélec yo te sezi a.
GEN 21:26 Abimélec te reponn: “Mwen pa konnen kilès ki te fè ou bagay sa a. Ou pa t di m sa, ni mwen pa t tande sa, jis rive jodi a.”
GEN 21:27 Abraham te pran mouton avèk bèf, e li te bay yo a Abimélec. Konsa, yo de a te fè yon akò.
GEN 21:28 Abraham te mete sèt jèn mouton femèl ki sòti nan bann mouton apa pou kont yo.
GEN 21:29 Abimélec te di a Abraham: “Kisa sa vle di; sèt jèn mouton femèl ke ou te mete apa pou kont yo?”
GEN 21:30 Li te di: “Ou va pran sèt jèn mouton femèl sa yo nan men m pou yo kapab devni yon temwen pou mwen ke mwen te fouye pwi sa a.”
GEN 21:31 Pou sa, li te rele plas sila a Beer-Schéba, paske se la ke yo de a te fè sèman an.
GEN 21:32 Alò, yo te fè yon akò nan Beer-Schéba. Konsa, Abimélec avèk Picol, kòmandan lame a, te leve retounen nan peyi Filisten yo.
GEN 21:33 Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la li te rele sou non SENYÈ a, Bondye Letènèl la.
GEN 21:34 Epi Abraham te demere nan peyi Filistyen yo pandan anpil jou.
GEN 22:1 Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke Bondye te fè Abraham pase yon eprèv. Li te di li: “Abraham!” Epi li te reponn: “Men mwen”.
GEN 22:2 Li te di: “Pran koulye a fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”
GEN 22:3 Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.
GEN 22:4 Nan twazyèm jou a, Abraham te leve zye li, e li te wè plas la nan yon distans.
GEN 22:5 Abraham te di a jèn sèvitè li yo: “Rete isit la avèk bourik la. Mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen bò kote nou.”
GEN 22:6 Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a. Li te poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm.
GEN 22:7 Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” Epi li te reponn: “Men mwen, fis mwen.” Konsa, li te di l: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
GEN 22:8 Abraham te di: “Bondye va fè pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen.” Epi yo de a te mache avanse ansanm.
GEN 22:9 Alò yo rive nan plas ke Bondye te di li a, epi Abraham te bati yon lotèl la. Li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo.
GEN 22:10 Abraham te lonje men l, e li te pran kouto a pou touye fis li a.
GEN 22:11 Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!” Li te reponn: “Men mwen isit la.”
GEN 22:12 Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa fè l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an.”
GEN 22:13 Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a.
GEN 22:14 Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”
GEN 22:15 Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la,
GEN 22:16 e te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an,
GEN 22:17 anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo.
GEN 22:18 Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te obeyi vwa Mwen.”
GEN 22:19 Epi Abraham te retounen vè jèn sèvitè yo. Yo te leve e te ale ansanm Beer-Schéba. Konsa, Abraham te rete Beer-Schéba.
GEN 22:20 Li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor:
GEN 22:21 Uts se premye ne li, epi Buz frè li, avèk Kemuel, papa Aram nan
GEN 22:22 epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.”
GEN 22:23 Bethuel te vin papa Rebecca. Uit de Milcah sa yo te fè pitit pou Nahor, frè Abraham nan.
GEN 22:24 Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca.
GEN 23:1 Alò, Sarah te viv pandan san-ven-sèt ane. Men sa yo ki te lane a Sarah.
GEN 23:2 Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li.
GEN 23:3 Konsa, Abraham te leve kite mò li a. Li te pale a fis a Heth yo. Li te di:
GEN 23:4 “Mwen menm se yon etranje k ap demere pami nou. Ban mwen yon kote pou antèman pami nou pou m kapab antere mò a kote mwen p ap wè li.”
GEN 23:5 Fis a Heth yo te reponn Abraham. Yo te di l:
GEN 23:6 “Koute nou, mèt mwen, ou menm, se yon prens Bondye pami nou. Antere mò ou a nan pi bon chwa ou nan tonm pa nou yo. Nanpwen pèsòn ki va refize ou yon plas antèman pou mò ou a.”
GEN 23:7 Abraham te leve e te bese devan moun yo nan peyi a, fis a Heth yo.
GEN 23:8 Li te pale avèk yo, e te di: “Si se volonte ou pou m antere mò mwen an kote mwen p ap wè l, koute mwen, e pale ak Ephron fis Tsochar a pou mwen,
GEN 23:9 ke li kapab ban mwen kav Macpéla ki pou li a, ki nan pwent chan li an. Pou tout pri ke li fò, ke li ban mwen li devan nou kòm yon lye antèman an.”
GEN 23:10 Alò, Ephron te chita pami fis a Heth yo. Ephron, Ethyen an, te reponn Abraham nan prezans fis a Heth yo, menm tout moun yo ki t ap antre nan pòtay vil la. Li te di:
GEN 23:11 “Non, mèt mwen, koute mwen; mwen ba ou chan an, e mwen ba ou kav ki ladann nan. Nan prezans a tout fis a pèp mwen yo, mwen ba ou li pou ou fè antèman mò ou a.”
GEN 23:12 Konsa, Abraham te bese devan pèp peyi a.
GEN 23:13 Li te pale a Ephron nan prezans tout pèp peyi a, e te di: “Silvouplè, si ou va sèlman koute mwen, mwen va bay pri a chan an. Aksepte li nan men m pou m kapab antere mò mwen an.”
GEN 23:14 Konsa, Ephron te reponn Abraham e te di li:
GEN 23:15 “Mèt mwen, koute mwen. Yon mòso tè ki vo kat-san pyès lajan, kisa sa ye antre mwen avèk ou? Alò, antere mò ou a.”
GEN 23:16 Abraham te koute Ephron. Konsa, Abraham te peze pou Ephron lajan ke li te nonmen nan prezans tout fis a Heth yo, kat-san pyès lajan, nan sistèm komès nòmal.
GEN 23:17 Pou sa a, chan Ephron ki te nan Macpéla a, ki te pozisyone vè Mamre a, chan an avèk kav ki te ladann nan, tout bwa ki te nan chan an, ki te anndan limit li yo, te sede
GEN 23:18 a Abraham kòm posesyon nan prezans fis a Heth yo, devan tout moun ki te antre nan pòtay vil li a.
GEN 23:19 Apre sa, Abraham te antere Sarah, madanm li nan kav la nan chan Macpéla ki anfas Mamre a, (sa vle di Hébron)
GEN 23:20 Konsa, fis a Etyen yo te bay papye tè a enkli ak kav la; yo te transfere li a Abraham pou yon landwa antèman.
GEN 24:1 Alò, Abraham te vin vye, byen avanse nan laj. Epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay.
GEN 24:2 Abraham te di a sèvitè li a, sila ki te gen plis laj lakay li a, ki te an chaj tout sa ke li te posede: “Souple, mete men ou anba kwis mwen.
GEN 24:3 Mwen va fè ou sèmante devan SENYÈ a, Bondye syèl la avèk Bondye tè a, ke ou p ap pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, pami moun m ap viv yo,
GEN 24:4 men ke ou va ale nan peyi mwen, kote relasyon mwen yo, e pran yon madanm pou fis mwen an, Isaac.”
GEN 24:5 Sèvitè a te di li: “Sipoze ke fanm nan pa vle swiv mwen pou vini nan peyi a? Èske mwen dwe mennen fis ou a retounen nan peyi kote ou te soti a?”
GEN 24:6 Abraham te di li: “Veye ke ou pa pran fis mwen an pou fè l retounen la!
GEN 24:7 SENYÈ a, Bondye syèl la ki te pran m, fè m sòti lakay papa m, peyi natal mwen, ki te pale avèk mwen; Li te sèmante ak mwen, e Li te di: ‘A desandan ou yo, Mwen va bay tè sa a’. Li va voye zanj Li devan ou, e ou va pran yon madanm pou fis mwen an soti la.
GEN 24:8 Men si fanm nan pa vle swiv ou, alò ou va lib de sèman pa m nan, Sèlman, pa fè fis mwen an retounen la.”
GEN 24:9 Alò, sèvitè a te plase men l anba kwis mèt li, Abraham, e li te sèmante devan li sou zafè sila a.
GEN 24:10 Epi sèvitè a te pran dis chamo pami chamo mèt li yo, e li te pati avèk yon seleksyon plizyè bon bagay a mèt li nan men l. Li te leve pou ale nan Mésopotamie pou rive nan vil Nahor.
GEN 24:11 Li te fè chamo yo bese a jenou deyò vil la toupre pwi a nan aswè, nan lè ke fanm yo te vin rale dlo.
GEN 24:12 Li te di: “O Senyè, Bondye a mèt mwen an, Abraham, souple, lese mwen twouve siksè jodi a, e montre lanmou ak dousè Ou anvè mèt mwen, Abraham.
GEN 24:13 Gade byen, m ap kanpe akote sous la, e fi a pèp vil yo ap parèt pou rale dlo.
GEN 24:14 Koulye a, kite sa fèt ke a fi ke mwen di: ‘Souple, desann veso ou pou m kab bwè’, e ki reponn: ‘Bwè, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: lese ke se sila ke Ou te chwazi pou sèvitè ou a, Isaac. Konsa nou va konnen ke Ou te montre lanmou ak dousè Ou a mèt mwen an.”
GEN 24:15 Avan li te fin pale, gade, Rebecca ki te ne a Bethuel, fi Milca a, fanm Nachor, frè Abraham nan te parèt ak veso sou zepòl li.
GEN 24:16 Fi a te trè bèl, yon vyèj, e gason pa t janm antre nan relasyon avè l. Li te desann nan sous la, li te ranpli veso li, e li t ap monte.
GEN 24:17 Alò, sèvitè a te kouri bò kote li, e te di: “Souple, kite mwen bwè yon ti dlo nan veso ou a.”
GEN 24:18 Li te di: “Bwè, mèt mwen.” Byen vit li te desann veso li rive nan men li, e li te bay li bwè.
GEN 24:19 Lè li te fin ba li bwè, li te di: “Mwen va rale dlo osi pou chamo ou yo, jiskaske yo fin bwè”.
GEN 24:20 Imedyatman li te vide veso li nan basen pou bèt yo, li te kouri retounen nan pwi a pou rale dlo, e li te rale pou tout chamo li yo.
GEN 24:21 Antretan, nonm nan t ap veye li an silans, pou konnen si SENYÈ a te fè vwayaj li a vin yon siksè, ou non.
GEN 24:22 Epi pandan chamo yo te fin bwè, nonm nan te pran bag lò ki peze yon mwatye sik (sis gram nan) avèk de braslè pou ponyèt li, ki te peze dis sik an lò,
GEN 24:23 epi li te mande: “Se fi a ki moun ou ye? Souple, fè m konnen, èske gen lojman lakay papa ou?”
GEN 24:24 Li te di li: “Mwen se fi Bethuel la, fis Milca, ke li te fè pou Nahor a.”
GEN 24:25 Ankò fi a te di li: “Nou gen ase, nan pay avèk manje, ak espas pou lojman”.
GEN 24:26 Alò, mesye a te bese byen ba, e li te adore SENYÈ a.
GEN 24:27 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki pa t abandone lanmou avèk konpasyon Li ak verite Li anvè mèt mwen. Pou mwen, SENYÈ a te dirije m nan chemen lakay de frè a mèt mwen yo.”
GEN 24:28 Alò, fi a te kouri pou pale tout kay manman l de bagay sa yo.
GEN 24:29 Fi a te gen yon frè ki te rele Laban. Laban te kouri deyò kote mesye a nan sous la.
GEN 24:30 Lè li te wè bag la avèk braslè yo sou ponyèt sè li, e lè li te tande pawòl a Rebecca yo, sè li, ki te di: “Se sa ke mesye a te di mwen,” li te ale kote mesye a. Gade byen, li te kanpe akote chamo yo nan sous la.
GEN 24:31 Epi li te di: “Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?”
GEN 24:32 Alò, mesye a te antre nan kay la. Laban te dechaje chamo yo, e li te bay pay avèk manje pou chamo yo, ak dlo pou lave pye li, avèk pye a mesye ki te avèk li yo.
GEN 24:33 Men lè manje a te plase devan li, li te di: “Mwen p ap manje jiskaske mwen pale de misyon mwen an.” Laban te di: “Pale toujou”.
GEN 24:34 Li te di: “Mwen se sèvitè Abraham.
GEN 24:35 SENYÈ a te beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin reyisi anpil. Li te bay li bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik.
GEN 24:36 Alò, Sarah, madanm a mèt mwen an te fè yon fis pou mèt mwen an nan vyeyès li. Li te bay li tout sa li posede.
GEN 24:37 Mèt mwen an te fè m sèmante pou di: ‘Ou pa pou pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, nan peyi kote m ap viv la,
GEN 24:38 men ou va ale kote lakay papa m, nan moun fanmi pa m yo, e pran yon madanm pou fis mwen an.’
GEN 24:39 “Mwen te di a mèt mwen an: ‘Sipoze ke fanm nan pa swiv mwen.’
GEN 24:40 “Li te di mwen: ‘SENYÈ a devan Sila mwen te mache a, va fè vwayaj ou a reyisi. Ou va pran yon madanm pou fis mwen an pami moun fanmi mwen yo, ak lakay papa m.
GEN 24:41 Epi konsa, ou va lib de sèman mwen an, si lè ou rive pami moun fanmi mwen yo, yo pa ba ou li. Si se sa a,ou va lib de sèman mwen an.’
GEN 24:42 “Konsa, mwen te vini jodi a nan sous la, e te di: ‘O SENYÈ, Bondye a mèt mwen an, Abraham, si koulye a ou va fè vwayaj ke m ap fè a reyisi.
GEN 24:43 Gade byen, mwen ap kanpe vè sous la, kite sa fèt ke jèn fi ki sòti pou rale dlo a, e ke mwen di: “Souple, kite m bwè yon ti dlo nan veso ou a”,
GEN 24:44 epi li di mwen: ‘Ou mèt bwè, e mwen va tire dlo pou chamo ou yo tou,’ kite sa fèt ke se li ke SENYÈ a te chwazi pou fis a mèt mwen an.”
GEN 24:45 “Avan mwen te fin pale nan kè mwen, gade byen, Rebecca te parèt avèk veso li sou zepòl li, e li te desann nan sous la pou tire. Mwen te di li: ‘Souple, kite m bwè.’”
GEN 24:46 “Li te byen vit desann veso a sou zepòl li, e li te di: ‘Bwè’, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: Alò, mwen te bwè, e li te bay bèt yo dlo tou.
GEN 24:47 “Mwen te mande li konsa: ‘Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te reponn: ‘Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a.’ Epi konsa, mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li.
GEN 24:48 “Epi mwen te bese byen ba, mwen te adore SENYÈ a, e te beni SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki te gide mwen nan bon chemen pou pran fi nan fanmi mèt mwen an pou fis li.
GEN 24:49 Alò, koulye a, si w ap aji avèk dousè e verite avèk mèt mwen an, fè m konnen. Men si se pa sa, kite m konnen, pou m kapab vire swa adwat, swa agoch.”
GEN 24:50 Laban avèk Bethuel te reponn: “Afè sa a sòti nan SENYÈ a. Alò nou pa kapab pale ou ni byen, ni mal.
GEN 24:51 Men Rebecca la devan ou, pran li pou ou ale, e ke li vin madanm a fis mèt ou a, jan SENYÈ a te pale a.”
GEN 24:52 Lè sèvitè Abraham nan te tande pawòl sa yo, li te bese tèt li atè devan SENYÈ a.
GEN 24:53 Sèvitè a te mete deyò bagay ki fèt ak lajan avèk lò, ak vètman, e li te bay yo a Rebecca. Li te osi bay kèk bagay ki koute byen chè a frè li avèk manman li.
GEN 24:54 Li menm avèk mesye ki te avè l yo te manje, bwè e te pase nwit lan. Lè yo te leve nan maten li te di: “Voye mwen ale vè mèt mwen.”
GEN 24:55 Men frè li avèk manman li te di: “Kite fi a rete avèk nou pandan kèk jou, annou di di jou. Apre li kapab ale”.
GEN 24:56 Li te reponn yo: “Pa anpeche m, paske se SENYÈ a ki te fè chemen mwen an reyisi. Voye m ale pou m kapab retounen bò kote mèt mwen.”
GEN 24:57 Epi yo te di: “Nou va rele fi a pou mande li volonte pa li.”:
GEN 24:58 Alò, yo te rele Rebecca e te di li: “Èske ou va ale avèk mesye sila a?” Epi li te reponn: “M ap prale.”
GEN 24:59 Konsa yo te voye Rebecca, sè yo a ale, avèk bòn li yo, sèvitè Abraham nan ak mesye pa li yo.
GEN 24:60 Yo te beni Rebecca, e te di li: “Ke ou menm, sè nou, kapab devni manman a dè milye de dizèn de milye, e ke desandan ou yo kapab posede pòtay a sila ki rayi yo.”
GEN 24:61 Epi Rebecca te leve avèk bòn li yo, yo te monte chamo yo, e yo te swiv mesye a. Konsa sèvitè a te pran Rebecca, e li te pati.
GEN 24:62 Alò, Isaac t ap sòti nan yon vwayaj vè Lachaï-roi, paske li t ap viv nan Negev.
GEN 24:63 Isaac te ale deyò pou fè meditasyon nan chan an nan aswè. Lè li te leve zye li pou gade, gade byen, chamo yo t ap vini.
GEN 24:64 Rebecca te leve zye li, e lè li te wè Isaac, li te desann chamo a.
GEN 24:65 Li te di sèvitè a: “Kilès mesye sa a k ap mache nan chan an vin jwenn nou an?” Epi sèvitè a te reponn: “Li se mèt mwen.” Konsa, fi a te pran vwal la, e li te kouvri tèt li.
GEN 24:66 Sèvitè a te di Isaac tout sa ke li te fè.
GEN 24:67 Epi Isaac te mennen li nan tant li. Li te pran Rebecca, e li te vin madanm li, e li te renmen li. Konsa Isaac te konsole lè manman li te fin mouri.
GEN 25:1 Alò, Abraham te pran yon lòt madanm, ki te rele Ketura.
GEN 25:2 Li te fè pou li Zimran, Jokschan, Madian, Jischbak, avèk Schuach.
GEN 25:3 Jokschan te vin papa a Séba avèk Dedan. Epi fis Dedan yo te Aschurim, Letuschim, avèk Leummim.
GEN 25:4 Epi fis a Madian yo te Épha, Epher, Hénoc, Abida, avèk Eldaa. Tout sa yo se te fis a Ketura yo.
GEN 25:5 Alò Abraham te bay tout sa li te posede a Isaac;
GEN 25:6 men a fis a fanm konkibin yo, li te bay yo kado pandan li te toujou ap viv la, e li te voye yo lwen fis li a vè lès, nan peyi lès la.
GEN 25:7 Sa yo se tout ane lavi ke Abraham te viv, san-swasann-kenz ane.
GEN 25:8 Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin ranmase vè pèp li.
GEN 25:9 Fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré,
GEN 25:10 chan ke Abraham te achte nan men fis a Heth yo. La, Abraham te antere avèk madanm li, Sarah.
GEN 25:11 Li te vin rive apre mò Abraham nan, ke Bondye te beni fis li a, Isaac, epi Isaac te viv toupre Lachaï-roi.
GEN 25:12 Alò, sa yo se achiv a desandan a jenerasyon Ismaël yo, fis Abraham nan, ke Agar, Ejipsyen an, sèvant a Sarah a, te fè ak Abraham;
GEN 25:13 epi sa yo se non fis Ismaël yo, selon non yo, nan lòd nesans pa yo: Nebajoth, premye ne a Ismaël la, Kédar, Adbeel, Mibsam,
GEN 25:14 Mischma, Duma, Massa,
GEN 25:15 Hadad, Théma, Jethur, Naphisch avèk Kedma.
GEN 25:16 Sila yo se fis Ismaël yo e sa se non yo, pa vil, e pa anplasman yo; douz prens yo selon tribi pa yo.
GEN 25:17 Sa yo se lane lavi Ismaël yo, san-trant-sèt ane. Li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li.
GEN 25:18 Yo te deplase soti nan Havila jis rive nan Schur ki nan kote lès Égypte lè yon moun ap pwoche Assyrie; li te rete la malgre sa te fè ènmi avèk tout paran li yo.
GEN 25:19 Alò, sa yo se achiv jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac.
GEN 25:20 Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.
GEN 25:21 Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.
GEN 25:22 Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale mande a SENYÈ a.
GEN 25:23 SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”
GEN 25:24 Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li.
GEN 25:25 Premye a te vin parèt byen wouj. Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü.
GEN 25:26 Apre, frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.
GEN 25:27 Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan an. Men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te viv nan tant.
GEN 25:28 Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.
GEN 25:29 Lè Jacob te fin kwit yon soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil.
GEN 25:30 Konsa, Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom.
GEN 25:31 Men Jacob te di: “Premyeman vann mwen dwa nesans ou an.”
GEN 25:32 Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?”
GEN 25:33 Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen.” Li te sèmante ba li. Li te vann dwa nesans li an bay Jacob.
GEN 25:34 Jacob te bay Ésaü pen avèk yon soup pwa. Li te manje e bwè, e li te leve al fè wout li. Konsa Ésaü te vin rayi dwa nesans li an.
GEN 26:1 Alò, te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Isaac te ale Guérar vè Abimélec, wa Filisten yo.
GEN 26:2 Senyè a te parèt a li menm e te di: “Pa desann an Égypte. Rete nan peyi ke Mwen va montre ou a.
GEN 26:3 Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.
GEN 26:4 “Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni,
GEN 26:5 akoz Abraham te obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo.”
GEN 26:6 Konsa, Isaac te viv Guérar.
GEN 26:7 Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “Li se sè mwen,” paske li te pè pou di “madanm mwen” akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”
GEN 26:8 Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca.
GEN 26:9 Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’”
GEN 26:10 Abimélec te di: “Kisa ke ou te fè nou la a? Yon moun nan pèp la ta kapab fasilman vin kouche avèk madanm ou, e ou t ap fè nou vin koupab pou peche sa a.”
GEN 26:11 Konsa, Abimélec te bay tout pèp la lòd, e te di: “Moun ki touche mesye sa a, oswa madanm li, asireman va mete a lanmò.”
GEN 26:12 Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li.
GEN 26:13 Mesye a te vin rich e li te kontinye vin pi rich jiskaske li te vin ranmase anpil gwo richès.
GEN 26:14 Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li.
GEN 26:15 Alò, tout pwi ke sèvitè a papa li yo te fouye nan jou Abraham yo, papa li, Filisten yo te bouche lè yo te ranpli yo avèk tè.
GEN 26:16 Alò, Abimélec te di a Isaac: “Kite nou, paske ou twò fò pou nou.”
GEN 26:17 Konsa, Isaac te pati la. Li te vin rete nan vale Guérar a, e li te fè anplasman la.
GEN 26:18 Isaac te fouye pwi yo ankò, pwi ki te fouye nan jou papa li yo, Abraham, paske Filisten yo te bouche yo apre mò Abraham nan. Epi li te bay yo menm non ke papa li te bay yo.
GEN 26:19 Men lè sèvitè Isaac yo te fouye nan vale a, e te twouve la yon pwi dlo ki t ap boujonnen,
GEN 26:20 bèje Guérar yo te goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li.
GEN 26:21 Yo te fouye yon lòt pwi, yo te goumen sou sila a tou e li te nonmen li Sitna.
GEN 26:22 Li te deplase la, li te fouye yon lòt pwi, e yo pa t goumen sou li. Li te bay li non a Rehoboth, paske li te di: “Koulye a, Bondye vin bannou plas, e nou va rekòlte anpil fwi nan peyi a.”
GEN 26:23 Alò, li te kite la pou monte Beer-Schéba.
GEN 26:24 SENYÈ a te parèt a li menm nan nwit lan, e te di: “Mwen se Bondye a papa ou, Abraham. Pa pè, paske Mwen avè w. Mwen va beni ou, e Mwen va fè desandan ou yo miltipliye pou koz a sèvitè Mwen an, Abraham.”
GEN 26:25 Konsa, li te bati yon lotèl la, li te rele non SENYÈ a, e te monte tant li la. La sèvitè Isaac yo te fouye yon pwi.
GEN 26:26 Alò, Abimélec te vin kote li soti Guérar, avèk konseye li, Ahuzath, avèk Picol, kòmandan lame a.
GEN 26:27 Isaac te di yo: “Poukisa nou vin kote m, kòmsi nou rayi mwen, e te pouse mwen lwen nou?”
GEN 26:28 Yo te di: “Nou wè byen klè ke SENYÈ a te avèk ou. Alò, nou te di: ‘Annou fè yon sèman antre nou menm, e kite nou fè yon akò avèk ou,
GEN 26:29 ke ou p ap fè nou okenn mal, menm jan ke nou pa t touche ou, nou pa t fè ou anyen sof ke byen, e w ap voye nou ale anpè.’ Koulye a, ou se beni a SENYÈ a.”
GEN 26:30 Alò, li te fè yon gwo fèt manje pou yo, yo te manje e bwè.
GEN 26:31 Nan maten, yo te leve bonè. Yo te sèmante a youn lòt, epi Isaac te voye yo ale kite li anpè.
GEN 26:32 Li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye. Yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.”
GEN 26:33 Konsa, li te rele li Schiba, akoz sa yo rele vil la Beer-Schéba jis rive jodi a.
GEN 26:34 Lè Ésaü te gen karant ane, li te marye avèk Judith, fi Béeri a, Etyen an, e Basmath, fi a Elon an, Etyen an.
GEN 26:35 Yo te mennen traka pou twouble Isaac avèk Rebecca.
GEN 27:1 Alò, li te vin rive lè Isaac te vye, e zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo. Li te di li: “Fis mwen.” Ésaü te reponn li: “Men mwen.”
GEN 27:2 Isaac te di: “Gade byen, koulye a, mwen vin vye. Mwen pa konnen jou ke m ap mouri an.
GEN 27:3 Ebyen, souple pran flèch ou yo avèk banza ou, e ale nan chan pou fè lachas jibye pou mwen.
GEN 27:4 Prepare yon manje ki gen bon gou, jan ou konnen ke m renmen li an, e pote ban mwen pou m kab manje, pou nanm mwen kapab beni ou avan ke m mouri.”
GEN 27:5 Rebecca t ap koute pandan Isaac t ap pale avèk fis li a, Ésaü. Alò, lè Ésaü te ale nan chan pou fè lachas jibye pou kapab pote lakay,
GEN 27:6 Rebecca te di fis li a, Jacob: “Veye byen, mwen te tande papa ou pale ak frè ou a Ésaü. Li te di:
GEN 27:7 ‘Pote pou mwen kèk jibye e prepare yon manje bon gou pou mwen, pou mwen kapab manje, e beni ou nan prezans SENYÈ a, avan ke m mouri.’
GEN 27:8 Alò, pou sa, fis mwen, koute lòd ke mwen pral ba ou a.
GEN 27:9 Ale koulye a, ale nan bann twoupo a. Chwazi de jèn kabrit ladann, pou m kapab prepare yo kòm yon bon manje pou papa ou, jan li renmen li an.
GEN 27:10 Konsa, ou va pote li bay papa ou, pou li kapab manje, pou li kapab beni ou avan ke li mouri”.
GEN 27:11 Jacob te reponn a manman l, Rebecca: “Gade byen, Ésaü, frè m nan byen kouvri avèk plim, e po m byen swa.
GEN 27:12 Petèt papa m va manyen m. Konsa, mwen ta vin tankou yon twonpè nan zye li, e mwen ta rale sou mwen yon madichon olye yon benediksyon.”
GEN 27:13 Men manman li te di li: “Ke madichon ou tonbe sou mwen, fis mwen! Sèlman obeyi vwa m, e ale chache yo pou mwen.”
GEN 27:14 Li te ale chache yo e te pote yo bay manman l. Manman l te fè yon manje bon gou jan papa l te renmen an.
GEN 27:15 Alò, Rebecca te pran pi bon vètman Ésaü a, pi gran fis li a, ki te avèk li nan kay la, e te mete yo sou Jacob, pi jèn fis li a.
GEN 27:16 Li te mete po kabrit sou men li, ak nan pati kou li ki te swa.
GEN 27:17 Osi li te bay Jacob, fis li a, manje bon gou a avèk pen ke li te fè a.
GEN 27:18 Konsa, li te vini kote papa l, e te di: “Papa m.” Epi li te di: “Men mwen. Kilès ou ye, fis mwen?”
GEN 27:19 Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a. Mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.”
GEN 27:20 Isaac te di fis li a: “Kòman ou reyisi fè sa vit konsa, fis mwen?” Epi li te di: “Paske SENYÈ a, Bondye ou a te fè sa rive m.”
GEN 27:21 Alò, Isaac te di Jacob: “Souple, vin pi pre pou m kapab manyen ou, fis mwen, pou si ou se vrèman fis mwen an Ésaü, o non.”
GEN 27:22 Jacob te pwoche papa li. Li te manyen li, e te di: “Vwa a se vwa a Jacob, men men yo se men Ésaü.”:
GEN 27:23 Li pa t rekonèt li, paske men li te kouvri avèk plim tankou men frè l la, Ésaü. Epi akoz sa, li te beni li.
GEN 27:24 Li te di: “Èske vrèman ou se fis mwen an, Ésaü?” Epi li te reponn: “Se Mwen.”
GEN 27:25 Konsa, li te di: “Pote ban mwen, e mwen va manje nan jibye fis mwen an, pou m kapab beni ou.” Li te pote ba li, e li te manje. Li te osi pote diven e li te bwè.
GEN 27:26 Epi Isaac, papa li, te di li: “Souple, pwoche pou bo m, fis mwen.”
GEN 27:27 Li te vin pre, e te bo li. Lè li te santi sant vètman li, li te beni li, e te di: “Ou wè, sant fis mwen an tankou sant a yon chan ke SENYÈ a te beni.
GEN 27:28 Koulye a, ke Bondye kapab ba ou lawouze syèl la, ak grès tè a, anpil sereyal chan avèk diven nèf.
GEN 27:29 Ke anpil pèp vin sèvi ou, e ke nasyon yo bese devan ou. Vin mèt sou frè ou yo, e lese fis a manman ou yo vin bese a ou menm. Modi va sila ki modi ou yo. Beni va sila ki beni ou yo.”
GEN 27:30 Depi li rive ke Isaac te fin beni Jacob, e Jacob te apèn sòti nan prezans Isaac, papa l, Ésaü, frè l la te vin sòti nan fè lachas.
GEN 27:31 Li menm tou te fè manje bon gou, e li te pote l bay papa l. Li te di a papa l: “Ke papa m leve manje nan jibye fis li a, pou ou kapab beni mwen.”
GEN 27:32 Isaac, papa li te di: “Kilès ou ye?” Konsa, li te di: “Mwen se fis ou, premye ne a, Ésaü.”
GEN 27:33 Alò, Isaac te vin tranble avèk vyolans, e te di: “Alò kilès sa ki te fè lachas jibye a, ki te pote ban mwen, ke m te manje tout li avan ou te vini, e ke mwen te beni li an? Wi, e li va beni.”
GEN 27:34 Lè Ésaü te tande pawòl a papa li yo, li te kriye avèk gwo kri ak yon vwa byen fò, e li te di papa l: “Beni m tou o papa mwen.”
GEN 27:35 Men li te reponn: “Frè ou a te vini twonpe m, e li te rache benediksyon ou an.”
GEN 27:36 Li te di: “Èske se pa t yon verite yo te nonmen li Jacob, paske li te pran plas mwen de fwa sa yo? Li te pran dwa nesans mwen an, e gade, koulye a li pran benediksyon mwen.” Epi li te di: “Èske ou pa t rezève yon benediksyon pou mwen?”
GEN 27:37 Isaac te reponn Ésaü: “Gade byen, mwen te fè li mèt ou, e tout moun nan fanmi li, mwen te bay li yo kòm sèvitè. Avèk sereyal avèk diven nèf mwen te bay li soutyen. Alò, pou ou, kisa m kapab fè, fis mwen?”
GEN 27:38 Ésaü te di a papa li: “Èske se yon sèl benediksyon ou genyen, papa mwen? Beni mwen menm tou, o papa m.” Konsa, Ésaü te leve vwa l e te kriye.
GEN 27:39 Alò, Isaac, papa l te reponn e te di li: “Gade byen, nan grès bon tè fètil ou va rete, e lwen lawouze k ap soti anwo syèl la.
GEN 27:40 Pa nepe ou, ou va viv, e frè ou a, ou va sèvi li. Men li va rive ke lè ou vin toumante, ou va kase jouk la sou kou ou.”
GEN 27:41 Epi Ésaü te pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li. Konsa, Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.”
GEN 27:42 Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou.
GEN 27:43 Pou sa, fis mwen, obeyi vwa m, e leve sove ale Charan, vè frè mwen, Laban!
GEN 27:44 Rete avè l pandan kèk jou jiskaske kòlè frè ou a vin bese,
GEN 27:45 jiskaske kòlè frè ou a vin bese, e bliye sa ou te fè li a. Alò, mwen va voye chache ou la. Poukisa mwen ta oblije pèdi nou toude nan yon sèl jou?”
GEN 27:46 Rebecca te di Isaac: “Mwen bouke viv akoz fi Heth yo. Si Jacob pran yon fanm nan fi a Heth yo, tankou sila, nan fi peyi yo, ki byen ki kab rive nan vi m?”
GEN 28:1 Alò, Isaac te rele Jacob, li te beni li, li te kòmande li, e li te di: “Ou p ap pran yon fanm nan fi Canaan yo.”
GEN 28:2 “Leve ale Paddan-Aram, lakay Bethuel, papa a manman ou. De la, pran yon madanm pami fi a Laban yo, frè manman ou an.
GEN 28:3 “Ke Bondye Toupwisan an kapab beni ou, bay ou anpil fwi, e fè ou miltipliye pou yo kapab devni yon gran fòs kantite moun.
GEN 28:4 Ke li kapab osi bay ou benediksyon Abraham nan, pou ou menm, ak pou desandan ou yo osi, ke ou kapab posede peyi kote w ap demere a, ke Bondye te bay a Abraham nan.”
GEN 28:5 Alò, Isaac te voye Jacob ale. Li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.
GEN 28:6 Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm, e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,”
GEN 28:7 epi ke Jacob te obeyi papa li, ak manman li, li te ale Paddan-Aram.
GEN 28:8 Konsa Ésaü te wè ke fi Canaan yo pa t plè papa li Isaac.
GEN 28:9 Konsa, Ésaü te ale kote Ismaël, e li te marye, anplis ke madanm yo li te gen deja, Mahalath, fi Ismaël la, fis Abraham nan, sè Nebajoth la.
GEN 28:10 Konsa, Jacob te kite Beer-Schéba e te ale vè Charan.
GEN 28:11 Li te vini nan yon sèten kote pou te pase nwit lan la, akoz solèy la te gen tan fin kouche. Li te pran youn nan wòch yo, li te mete l anba tèt li, e li te kouche la nan plas sila a.
GEN 28:12 Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la. Epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li.
GEN 28:13 Epi, gade byen, SENYÈ a te kanpe anwo li. Li te di: “Mwen se SENYÈ a, Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak desandan ou yo.
GEN 28:14 Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.
GEN 28:15 “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”
GEN 28:16 Alò, Jacob te leve nan dòmi an, e li te di: “Anverite SENYÈ a nan plas sila a, e mwen pa t konnen.”
GEN 28:17 Li te pè, e li te di: “Alò, A la etonan plas sa a etonan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.”
GEN 28:18 Konsa, Jacob te leve bonè nan maten. Li te pran wòch ke li te plase anba tèt li a, e li te etabli li tankou yon pilye. Li te vide lwil sou tèt pilye a.
GEN 28:19 Li te rele plas sa a Béthel, men oparavan non a vil sa a se te Luz.
GEN 28:20 Epi Jacob te fè yon sèman. Li te di: “Si Bondye ale avèk mwen, si Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen manje pou m manje, ak rad pou m mete,
GEN 28:21 pou m ka retounen lakay papa m anpè, pou SENYÈ a va Bondye pa m,
GEN 28:22 alò, wòch sila a, ke m etabli tankou pilye a, va devni Lakay Bondye. Nan tout sa ke ou ban mwen, mwen va anverite bay yon dim a Ou menm.”
GEN 29:1 Alò, Jacob te ale nan vwayaj li a, e li te vini nan peyi ki te pou fis a lès yo.
GEN 29:2 Lè li te gade, li te wè yon pwi nan chan an, e gade byen, te gen twa bann mouton ki te kouche la akote li, paske se te avèk pwi sa a ke yo te bay tout bèt yo dlo. Alò, wòch la sou bouch pwi a te byen laj.
GEN 29:3 Lè tout bèje mouton yo te rasanble la, yo te konn woule wòch la sòti nan bouch pwi a, pou te bay mouton yo dlo, e te remete wòch la nan plas li sou bouch pwi a.
GEN 29:4 Jacob te di yo: “Frè m yo, kibò nou sòti?”: Yo te reponn: “Nou sòti nan Charan.”
GEN 29:5 Li te di yo: “Èske nou konnen Laban, fis Nachor a?” Epi yo te di: “Nou konnen li.”
GEN 29:6 Li te mande yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te reponn: “Wi, tout bagay ale byen pou li. Men fi li a, Rachel k ap vini avèk mouton yo.”
GEN 29:7 Li te di: “Gade byen, li toujou gwo lajounen; li poko lè pou rasanble bèt. Bay bèt yo dlo, e mete yo nan patiraj toujou.”
GEN 29:8 Men yo te di: “Nou pa kapab jiskaske tout bèje mouton yo fin rasanble, e yo woule wòch la sòti nan bouch pwi a. Se nan lè sa a nou va bay mouton yo dlo.”
GEN 29:9 Pandan li t ap pale avèk yo, Rachel te parèt avèk mouton papa l yo, paske li te yon bèje.
GEN 29:10 Lè Jacob te wè Rachel, fi Laban an, frè manman li, ak mouton Laban yo, frè manman l, Jacob te pwoche. Li te woule wòch la sòti nan pwi a, e li te bay dlo a bann mouton Laban an, frè manman l lan.
GEN 29:11 Epi Jacob te bo Rachel. Li te leve vwa li, e li te kriye.
GEN 29:12 Jacob te di Rachel ke li te yon moun fanmi papa l, e ke li te fis a Rebecca. Li te kouri di papa l sa.
GEN 29:13 Alò, lè Laban te tande nouvèl Jacob la, fis a sè li, li te kouri pou ale rankontre avè l e te anbrase li. Li te bo li, e te mennen li lakay li. Konsa, Jacob te eksplike Laban tout bagay sa yo.
GEN 29:14 Laban te di li: “Anverite, ou se zo mwen avèk chè mwen.” Konsa, li te rete avèk li pandan yon mwa.
GEN 29:15 Alò Laban te di a Jacob: “Akoz ke ou se moun fanmi mwen, èske sa vle di ke ou ta dwe sèvi mwen gratis? Di m, kisa pou m bay ou kòm salè?”
GEN 29:16 Alò, Laban te gen de fi. Non pi gran an se te Léa, e lòt la se te Rachel.
GEN 29:17 Epi zye a Léa yo te fèb, men Rachel te byen bèl nan figi l, ni nan fòm li.
GEN 29:18 Alò Jacob te renmen Rachel, e konsa li te di: “Mwen va sèvi ou pandan sèt ane pou fi ou ki pi jèn nan, Rachel.”
GEN 29:19 Laban te di: “Li pi bon pou m bay ou li pase pou m ta bay li a yon lòt gason. Rete avè m.”
GEN 29:20 Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lanmou li te gen pou li.
GEN 29:21 Konsa, Jacob te di a Laban: “Ban mwen madanm mwen, paske tan mwen an gen tan fin konplete, pou m kapab antre nan relasyon avè l.”
GEN 29:22 Laban te rasanble tout mesye yo nan plas la, e li te fè yon gwo fèt.
GEN 29:23 Men nan aswè, li te pran fi li, Léa, e li te mennen li kote Jacob. Li te antre an relasyon avèk li.
GEN 29:24 Laban osi te bay sèvant li, Zilpa, pou Léa kòm sèvant.
GEN 29:25 Nan maten, gade byen, li vin parèt ke se te Léa! Konsa, li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”
GEN 29:26 Men Laban te di: “Se pa koutim peyi nou pou fè maryaj a pi jèn nan avan premye ne a.
GEN 29:27 Konplete semèn nan avèk sila a, e nou va bay ou lòt la tou; pou sèvis sa a, ou va sèvi m yon lòt sèt ane.”
GEN 29:28 Jacob te fè sa, li te konplete semèn nan avèk fi a, e li te ba li fi li, Rachel, kòm madanm li.
GEN 29:29 Laban osi te bay sèvant li, Bilha a fi li, Rachel kòm sèvant li.
GEN 29:30 Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.
GEN 29:31 Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit.
GEN 29:32 Léa te vin ansent. Li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te wè doulè mwen, asireman koulye a mari mwen va renmen m.”
GEN 29:33 Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis, e li te di: “Akoz ke SENYÈ a te tande ke mwen te rayi, pou sa Li te ban mwen fis sila a osi.” Alò, li te bay li non Siméon.
GEN 29:34 Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Alò fwa sa a mari mwen va vin atache a mwen, paske mwen te fè twa fis pou li.” Pou sa, li te nonmen li Lévi.
GEN 29:35 Epi li te vin ansent ankò. Li te fè yon fis, e li te di: “Fwa sa, mwen va louwe SENYÈ a.” Pou sa li te nonmen li Juda. Epi konsa, li te vin sispann fè pitit.
GEN 30:1 Alò, lè Rachel te wè ke li pa t fè pitit pou Jacob, li te vin jalou. Li te di a Jacob: “Ban mwen pitit, oswa, m ap mouri.”
GEN 30:2 Epi chalè Jacob te brile kont Rachel. Li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te anpeche vant ou bay fwi a?”
GEN 30:3 Li te reponn: “Men sèvant mwen an, Bilha, antre an relasyon avèk li pou li kapab pouse fè sou jenou mwen yo. Konsa, pa li menm, mwen kapab fè timoun tou.”
GEN 30:4 Epi li te ba li sèvant li, Bilha kòm madanm, e li te antre nan relasyon avèk li.
GEN 30:5 Bilha te vin ansent, e li te fè yon fis pou Jacob.
GEN 30:6 Alò, Rachel te di: “Bondye te ban mwen rezon. Li te vrèman tande vwa m, e Li te ban mwen yon fis.” Pou sa, li te nonmen li Dan.
GEN 30:7 Sèvant a Rachel la, Bilha te vin ansent ankò, e li te fè pou Jacob yon dezyèm fis.
GEN 30:8 Alò, Rachel te di: “Avèk gwo lit mwen te mennen avèk sè mwen an, mwen te vrèman vin genyen l.” Epi li te nonmen li Nephtali.
GEN 30:9 Lè Léa te wè ke li pa t fè pitit ankò, li te pran sèvant li a, Zilpa, e li te bay li a Jacob kòm madanm.
GEN 30:10 Sèvant a Léa a, Zilpa te fè yon fis pou Jacob.
GEN 30:11 Konsa, Léa te di: “A la chans!” Epi li te nonmen li Gad.
GEN 30:12 Sèvant Léa a, Zilpa te fè pou Jacob yon dezyèm fis.
GEN 30:13 Epi Léa te di: “A la kontan mwen kontan! Pou sa, fanm yo va rele mwen kontan.” Epi li te nonmen li Aser.
GEN 30:14 Alò, nan jou rekòlt ble yo, Reuben te sòti pou twouve mandragò nan chan an, e li te pote yo bay manman li, Léa. Alò, Rachel te di a Léa: “Souple, ban m kèk nan mandragò fis ou yo.”
GEN 30:15 Men Léa te di l: “Èske se yon ti bagay sa ye pou ou pou pran mari mwen? Konsa, èske ou ta renmen pran mandragò a fis mwen yo tou?” Rachel te reponn: “Pou sa, li kapab kouche avè ou aswè a, kòm twòk pou mandragò a fis ou yo.”
GEN 30:16 Lè Jacob te sòti nan chan an nan aswè, alò, Léa te sòti pou rankontre li. Li te di l: “Ou oblije antre an relasyon ak mwen aswè a, paske vrèman mwen te achte ou avèk mandragò a fis mwen yo.” Epi li te kouche avèk li nan nwit lan.
GEN 30:17 Bondye te okipe Léa, e li te fè yon senkyèm fis pou Jacob.
GEN 30:18 Epi Léa te di: “Bondye te ban mwen salè mwen, akoz ke m te bay sèvant mwen an a mari mwen.”
GEN 30:19 Léa te vin ansent ankò, e li te fè yon sizyèm fis pou Jacob.
GEN 30:20 Alò Léa te di: “Bondye te ban mwen yon bon kado! Koulye a mari mwen va rete avè m akoz ke mwen fè sis fis pou li.” Alò li te nonmen li Zabulon.
GEN 30:21 Apre sa li te fè yon fi, e li te nonmen li Dina.
GEN 30:22 Alò, Bondye te sonje Rachel. Li te okipe li, e Li te louvri vant li.
GEN 30:23 Konsa, li te vin ansent, e li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Bondye retire repwòch mwen.”
GEN 30:24 Li te rele li Joseph, e li te di: “Ke SENYÈ a ban m yon lòt fis.”
GEN 30:25 Alò, li te rive ke lè Rachel te fè Joseph, Jacob te di a Laban: “Voye mwen ale, pou mwen kapab ale nan pwòp plas mwen e nan pwòp peyi mwen.
GEN 30:26 Ban mwen madanm mwen yo, ak pitit mwen yo, pou sila mwen te sèvi ou yo. Kite mwen pati, paske ou menm ou konnen sèvis ke m te rann ou yo.”
GEN 30:27 Men Laban te di li: “Si sa fè ou plezi, rete avè m; mwen devine ke Bondye te beni mwen akoz ou menm.”
GEN 30:28 Li te pale toujou: “Nonmen salè ou, e mwen va ba ou li”.
GEN 30:29 Men li te di li: “Ou menm ou konnen jan mwen te sèvi ou, ak jan bèt ou yo te byen okipe avè m.
GEN 30:30 Paske ou pa t gen anpil lè m te vini an, yo vin miltipliye anpil, e SENYÈ a te beni ou tout kote ke m vire. Men koulye a, se lè pou mwen okipe pwòp lakay mwen tou?”
GEN 30:31 Epi Laban te di: “Kisa mwen kapab ba ou?” Epi Jacob te reponn: “Ou pa bezwen ban m anyen. Si w ap fè yon sèl bagay pou mwen, mwen va okipe bann ou yo ankò, epi kenbe yo.
GEN 30:32 Kite mwen pase nan tout bann mouton ou yo, pou retire chak mouton ki takte, oswa trase, avèk tout sa ki nwa pami ti mouton yo, chak sa ki takte oswa trase pami kabrit yo. Se sa yo ki va sèvi kòm salè mwen.
GEN 30:33 Konsa entegrite mwen va reponn pou mwen pita, lè ou vin parèt konsènan salè mwen. Chak sa ki pa takte, oswa trase pami kabrit yo, e ki nwa pami jenn mouton yo, si li twouve avè m, konsidere ke mwen te vòlè l.”
GEN 30:34 Laban te di li: “Sa bon. Kite sa fèt selon pawòl ou.”
GEN 30:35 Alò, nan menm jou sa a, li te retire tout mal kabrit ki te trase, oswa takte, ak tout femèl kabrit ki te takte, chak ki te gen blan ladann, ak tout nwa pami mouton yo, e li te bay fis li yo okipe yo.
GEN 30:36 Epi li te mete yon distans twa jou antre li menm avèk Jacob, e Jacob te bay manje a tout rès bann mouton yo pou Laban.
GEN 30:37 Jacob te pran bwa vèt nan pye sikrèn, pye zanmann, ak pye bwadòm, e li te kale tras blan nan yo pou fè parèt blan ki te nan bwa yo.
GEN 30:38 Li te plase bwa li te kale yo devan bann mouton yo, nan flèv dlo yo, e nan basen dlo kote bann mouton yo te vin bwè a. Se la yo te kwaze lè yo te vin pou bwè.
GEN 30:39 Alò, bann mouton yo te kwaze kote bwa kale yo, e yo te fè pote sa ki te trase, takte e pentle yo.
GEN 30:40 Jacob te separe ti mouton yo, e te fè bann mouton yo rete anfas, pou yo t ap gade tout sa ki te trase yo, ak tout nwa yo, ki te nan bann mouton Laban yo. Li te mete pwòp bann mouton li yo apa, pou yo pa t avèk bann mouton Laban yo.
GEN 30:41 Anplis de sa, nenpòt kilè bèt ki pi fò nan bann mouton yo ta kwaze, Jacob ta mete bwa yo devan zye a bèt ki nan basen dlo yo, pou yo ta kwaze akote bwa yo;
GEN 30:42 men lè bann mouton an te fèb, li pa t mete yo ladann. Konsa pi fèb yo te vin pou Laban, e pi fò yo pou Jacob.
GEN 30:43 Konsa, nonm nan te vin pwospere anpil. Li te vin gen gwo bann mouton, sèvant ak sèvitè, chamo avèk bourik.
GEN 31:1 Alò, Jacob te tande pawòl fis Laban yo ki te vin di: “Jacob te retire tout sa ki te pou papa nou, e avèk sa ki te pou papa nou, li te fè tout richès li.”
GEN 31:2 Jacob te wè konpòtman Laban, e gade byen, li pa t emab anvè li jan li te ye avan an.
GEN 31:3 Epi SENYÈ a te di a Jacob: “Retounen nan peyi a zansèt ou yo, a moun ou yo, e mwen va avèk ou.”
GEN 31:4 Alò Jacob te voye rele Rachel avèk Léa vè bann mouton li nan chan an.
GEN 31:5 Konsa, li te di yo: “Mwen wè ke konpòtman papa nou anvè mwen menm pa emab jan li te ye lontan an, men Bondye a papa m nan te avèk mwen.
GEN 31:6 Nou konnen ke mwen te sèvi papa nou avèk tout fòs mwen.
GEN 31:7 Malgre sa, papa nou te twonpe mwen, e li te chanje salè mwen dis fwa, men Bondye pa t kite li fè m donmaj.
GEN 31:8 Si li te pale konsa: ‘Takte yo se salè ou’, alò, tout bann mouton yo te bay pitit takte. Epi si li te pale konsa ke trase yo te salè ou, alò tout bann mouton yo te bay pitit trase.
GEN 31:9 Konsa Bondye te retire bèt yo nan men papa ou, e Li te ban mwen yo.
GEN 31:10 “Epi li te rive ke lè bann mouton yo a t ap kwaze, ke mwen te leve zye mwen, mwen te wè nan yon rèv, e gade byen, mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele.
GEN 31:11 “Alò, zanj Bondye a te di mwen nan rèv la: ‘Jacob,’ epi mwen te di: ‘Men mwen.’
GEN 31:12 “Li te di: ‘Koulye a leve zye ou, pou wè ke tout mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele, paske Mwen te wè tout sa ke Laban te fè ou yo.
GEN 31:13 Mwen menm se Bondye a Béthel la, kote ou te vide lwil sou yon pilye, kote ou te fè sèman a Mwen menm nan. Konsa, leve, kite tè sa a, e retounen nan peyi nesans ou a.’”
GEN 31:14 Rachel avèk Léa te di li: “Èske nou gen yon pati nan eritaj lakay papa nou an ki rete?
GEN 31:15 Èske li pa rekonèt nou kòm etranje? Paske li gen tan vann nou. Anplis, li te manje tout byen nou ranmase.
GEN 31:16 Vrèman, tout byen ke Bondye te rachte nan men papa nou yo, se pou nou avèk pitit nou ke yo ye. Alò, fè sa ke Bondye te di ou fè a.”
GEN 31:17 Alò, Jacob te leve. Li te mete pitit li yo avèk madanm li yo sou chamo yo.
GEN 31:18 Konsa, li te voye pouse tout bèt yo avèk tout byen ke li te rasanble yo, bèt ke li te vin gen nan Paddan-Aram yo, pou ale nan peyi Canaan vè papa li, Isaac.
GEN 31:19 Lè Laban te ale pou taye plim mouton li yo, Rachel te vòlè zidòl lakay ki te pou papa li yo.
GEN 31:20 Konsa, Jacob te twonpe Laban, Arameyen an. Li pa t di li ke li t ap sove ale.
GEN 31:21 Li te sove ale avèk tout sa ke li te genyen, epi li te leve pou travèse lariviyè Euphrate la, ak figi li byen fikse vè peyi mòn Galaad yo.
GEN 31:22 Lè yo te di Laban nan twazyèm jou ke Jacob te sove ale a,
GEN 31:23 li te pran moun fanmi li yo, pou l te kouri dèyè li pandan sèt jou. Konsa, li te vin rive devan li nan ti kolin nan peyi Galaad yo.
GEN 31:24 Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon rèv nan nwit lan. Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.”
GEN 31:25 Laban te vin rive devan Jacob. Alò Jacob te monte tant li nan peyi kolin yo, e Laban avèk moun pa li yo te rete nan peyi kolin Galaad yo.
GEN 31:26 Alò, Laban te di a Jacob: “Kisa ou te fè m la a lè ou te twonpe m e fè eskalad avèk fi mwen yo tankou prizonyè ki sou nepe?
GEN 31:27 Poukisa ou te sove ale an sekrè? Ou fè m desepsyon sa a, e ou pa di m sa pou m ta kapab voye ou ale avèk jwa, ak chante, tanbouren ak ap?
GEN 31:28 Ou pa t menm kite m bo fis mwen yo, ak fi mwen yo. Alò, ou gen tan fè betiz.
GEN 31:29 Li nan pouvwa mwen pou m fè nou mal, men Bondye a papa ou a te pale avèk mwen yèswa. Li te di: ‘Pinga ou pale ni byen, ni mal a Jacob’.
GEN 31:30 Alò, vrèman ou te sòti paske ou te anvi wè lakay papa ou, men poukisa ou te vòlè dye mwen yo?”
GEN 31:31 Jacob te reponn Laban: “Akoz ke m te pè, paske mwen te panse ke ou ta rachte fi ou yo nan men mwen pa lafòs.
GEN 31:32 Sila ki twouve avèk dye ou yo p ap viv. Nan prezans tout fanmi nou yo, montre m sa ki pou ou nan byen mwen yo, e pran li pou ou menm.” Paske Jacob pa t konnen ke Rachel te gen tan vòlè yo.
GEN 31:33 Alò, Laban te antre nan tant Jacob la, nan tant Léa a, ak nan tant sèvant yo, men li pa t twouve yo.
GEN 31:34 Alò, Rachel te pran zidòl lakay yo. Li te mete yo nan sèl chamo a, e li te chita sou yo. Konsa, Laban te manyen toupatou nan tant lan, men li pa t twouve yo.
GEN 31:35 Li te di a papa li: “Pa kite mèt mwen an fache avè m, pwiske mwen p ap ka leve devan ou, paske se règ mwen ki sou mwen.” Alò, li te chache, men li pa t jwenn zidòl kay yo.
GEN 31:36 Alò, Jacob te vin fache. Li te konfwonte Laban. Jacob te di l: “Ki tò mwen te fè ou? Ki peche mwen te fè konsa pou ou vin pouswiv mwen tou cho konsa?
GEN 31:37 Malgre ou gen tan manyen tout afè m, kisa ou te twouve ladan yo ki pou lakay ou? Mete li isit la devan moun pa m avèk moun pa ou yo, pou yo ka pran yon desizyon antre nou de a.
GEN 31:38 “Pandan ventan mwen te la avè w. Mouton ou yo avèk kabrit ou yo pa janm pèdi pitit, ni mwen pa t manje belye nan bann mouton ou yo.
GEN 31:39 Sa ki te chire pa bèt sovaj, èske m pa te pote yo bay ou? Mwen te fè pèt la pou kont mwen. Se konsa ou te egzije sa ki nan men m, sof ke sa ki vòlè nan lajounen, sof ke sa ki vòlè nan lannwit.
GEN 31:40 Konsa mwen te ye: Nan lajounen, solèy la te manje m, fredi nan lannwit, e dòmi te vòlè sove ale nan zye mwen.
GEN 31:41 Pandan ven ane sa yo, mwen te lakay ou. Mwen te sèvi ou katòz ane pou de fi ou yo, sis ane pou bann mouton ou yo, e ou te fè chanjman salè mwen dis fwa.
GEN 31:42 Si Bondye a papa m nan, Bondye a Abraham nan pa t pou mwen, vrèman koulye a ou t ap kab voye m ale men vid. Bondye te wè afliksyon mwen, ak travay di ke men m te gen tan fè, epi Li te rann jijman an yèswa.”
GEN 31:43 Laban te reponn a Jacob: “Fi yo se fi m, pitit yo se pitit mwen, bann mouton yo se bann mouton mwen. Tout sa ou wè la yo se pa m. Men kisa m ka fè nan jou sa pou sila yo, a fi mwen yo, oswa a pitit pa yo ke yo te fè?
GEN 31:44 Alò, kounye a vin non, annou fè yon akò, ou menm avèk mwen menm. Annou fè li kòm yon temwen antre ou menm avèk mwen.”
GEN 31:45 Konsa, Jacob te pran yon gwo wòch. Li te fè l kanpe tankou yon pilye.
GEN 31:46 Jacob te di a tout relasyon fanmi pa li a: “Sanble wòch”! Epi yo te pran wòch yo. Yo te fè yon gwo pil, e yo te manje la akote pil la.
GEN 31:47 Alò Laban te rele la Jegar-Sahadutha, men Jacob te rele l Galed.
GEN 31:48 Laban te di: “Gwo pil wòch sa se yon temwen antre ou menm avèk mwen menm jodi a.” Konsa, li te rele l Galed,
GEN 31:49 epi osi Mitspa, paske li te di: “Ke Bondye kapab gade antre ou menm avèk mwen lè nou vin absan de youn lòt.
GEN 31:50 Si ou maltrete fi mwen yo, oswa si ou pran madanm anplis ke fi mwen yo, malgre pèsòn pa avèk nou, ou wè, Bondye se temwen antre ou menm avèk mwen.”
GEN 31:51 Laban te di a Jacob: “Gade byen gwo pil sa a, e veye byen gwo pilye ke m etabli antre ou menm avèk mwen an.
GEN 31:52 Gwo pil sa a se yon temwen. Pilye a se yon temwen ke mwen p ap pase vè gwo pil sa a pou fè ou mal, e ou p ap pase gwo pil sa a vè mwen pou fè m mal.
GEN 31:53 Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin jij antre nou menm.” Konsa Jacob te sèmante pa krent a papa l, Isaac.
GEN 31:54 Alò, Jacob te ofri yon sakrifis sou mòn nan. Li te rele tout gwo fanmi li yo pou vin manje pen. Yo te manje pen sa a, e yo te pase nwit lan sou mòn nan.
GEN 31:55 Granmmaten, Laban te leve. Li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li.
GEN 32:1 Alò, pandan Jacob te fin pran wout li, zanj Bondye yo te rankontre li.
GEN 32:2 Jacob te di lè li te wè yo: “Sa se lame Bondye a.” Konsa, li te nonmen plas sa a Mahanaïm.
GEN 32:3 Alò, Jacob te voye mesaje yo devan li kote frè li Ésaü nan peyi Séir a nan tèritwa Édom an.
GEN 32:4 Li te bay mesaje yo lòd, e li te di: “Konsa ou va pale a mèt mwen an, Ésaü: ‘Men sa ke sèvitè ou, Jacob di ou: Mwen te vin rete avèk Laban, e mwen te demere la jis rive koulye a.
GEN 32:5 Mwen gen bèf avèk bourik, avèk bann mouton, sèvitè avèk sèvant. M ap voye pou di mèt mwen sa, pou m kapab vin jwenn favè nan zye w.’”
GEN 32:6 Mesaje yo te retounen vè Jacob. Yo te di li: “Nou te rankontre frè ou Ésaü. Konsa, li ap vin kote ou avèk kat-san òm.”
GEN 32:7 Epi Jacob te vin pè anpil, e byen twouble. Li te divize moun ki te avè l yo, bann mouton, twoupo bèf ak chamo pou fè de konpanyen.
GEN 32:8 Konsa, li te di: “Si Ésaü ta vin atake youn nan konpanyen yo, alò, konpanyen ki rete a va chape.”
GEN 32:9 Jacob te di: “O Bondye a papa m nan Abraham e Bondye a papa m nan Isaac, O SENYÈ ki te di mwen an: ‘Retounen nan peyi ou, e a moun fanmi ou yo, e mwen va fè ou vin pwospere,’
GEN 32:10 mwen pa merite tout lanmou, mizerikòd ak fidelite ke ou te montre sèvitè ou a; paske se sèl avèk baton mwen ke m te travèse rivyè Jourdain an, men koulye a nou vin de konpanyen.
GEN 32:11 Delivre mwen, souple anba men frè m nan, anba men Ésaü; paske mwen pè li, pou li pa vin atake mwen avèk manman yo, ak timoun yo.
GEN 32:12 Paske ou te di: ‘Anverite, Mwen va fè nou vin pwospere, e fè desandan nou yo vin tankou sab lanmè a, k ap twò gran pou konte.’”
GEN 32:13 Epi li te pase nwit lan la. Alò, li te chwazi nan sa li te gen avè l yo kòm yon kado pou frè li, Ésaü:
GEN 32:14 De-san kabrit femèl, ven kabrit mal, de-san femèl mouton, ak ven mal,
GEN 32:15 trant chamo ki t ap bay lèt a pitit pa yo, karant bèf avèk dis towo, ven bourik femèl, ak dis ti bourik.
GEN 32:16 Li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Chak ekip te mache pou kont li, e li te di a sèvitè li yo: “Pase devan m, e mete yon espas antre de bann yo.”
GEN 32:17 Li te kòmande sila ki te devan an e li te di li: “Lè frè m Ésaü vin rankontre ou, e mande ou: ‘Pou kilès ou ye, kibò w prale, e pou kilès bèt sa yo ki devan ou yo ye?’
GEN 32:18 Alò, ou va di: ‘Se pou sèvitè ou, Jacob. Se yon kado ke li voye bay mèt mwen, Ésaü. Men gade byen, li la dèyè nou.’”
GEN 32:19 Li te kòmande osi a dezyèm nan, a twazyèm nan, ak tout sa ki te swiv ekip yo, e li te di: “Se konsa nou va pale avèk Ésaü lè nou rankontre li.
GEN 32:20 Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li. Petèt li kapab aksepte mwen.’”
GEN 32:21 Epi kado a te pase devan li, e li menm te pase nwit lan menm kote li te fè kan an.
GEN 32:22 Alò, li te leve pandan menm nwit lan, e li te pran de madanm li yo avèk de sèvant li yo, onz pitit li yo, e li te travèse lariviyè a bò kote Jabbok la.
GEN 32:23 Li te pran yo, e li te voye yo travèse dlo a. Konsa, li te voye travèse ak tout sa li te genyen.
GEN 32:24 Konsa, Jacob te rete tout sèl, e yon nonm te vin lite avèk li jis rive granmmaten.
GEN 32:25 Lè li te wè ke li pa t genyen l, li te touche gwo jwenti janm li (anwo kote l tache nan kò a), epi li te vin dejwente pandan li t ap lite avè l.
GEN 32:26 Epi nonm nan te di: “Lage m, paske jou a pwòch.” Men Jacob te di: “Mwen p ap lage ou amwenske ke ou beni m.”
GEN 32:27 Alò, li te di li: “Kòman yo rele ou?” Li te reponn: “Jacob.”
GEN 32:28 Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.”
GEN 32:29 Alò Jacob te mande li: “Souple, di m non ou.” Li te reponn: “Poukisa ou mande m non mwen?” Epi li te beni li la.
GEN 32:30 Konsa, Jacob te nonmen kote sa Peniel, paske li te di: “Mwen te wè Bondye fasafas, malgre sa, vi mwen te prezève.”
GEN 32:31 Alò, solèy la te leve sou li nan menm moman li t ap travèse Peniel la, e li te bwate akoz gwo janm nan.
GEN 32:32 Pou sa, jis jounen jodi a, fis Israël yo pa manje tandon ki tache nan gwo janm nan avèk anch ki sou jwenti a, akoz ke li te touche jwenti gwo janm nan tandon ki tache nan anch lan.
GEN 33:1 Alò, Jacob te leve zye li. Li te gade, e gade byen, Ésaü t ap vini, ak kat-san òm avèk li. Konsa, li te divize pitit yo pami Léa avèk Rachel avèk de sèvant yo.
GEN 33:2 Li te mete sèvant li yo devan, Léa avèk pitit li yo dèyè yo, e Rachel avèk Joseph an dènye.
GEN 33:3 Men li menm te pran devan yo. Li te bese jis atè sèt fwa, jiskaske li te rive toupre frè li a.
GEN 33:4 Ésaü te kouri al jwenn li. Li te anbrase li, te tonbe nan kou li e li te bo li. Konsa, yo te kriye.
GEN 33:5 Li te leve zye li pou wè fanm yo, e li te di: “Se kilès? Sila yo ki avèk ou la a?” Epi Jacob te di: “Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.”
GEN 33:6 Alò, sèvant lakay yo te vin pwoche avèk pitit pa yo, e yo te bese ba.
GEN 33:7 Léa tou te apwoche avèk pitit li yo. Yo te bese ba. Apre, Joseph te vini avèk Rachel, e yo te bese ba.
GEN 33:8 Ésaü te di: “Kisa ou vle di ak tout ekip sa yo ke m rankontre la a?” Jacob te reponn: “Pou jwenn favè nan zye a mèt mwen.”
GEN 33:9 Men Ésaü te di: “Mwen gen kont mwen, frè m; kite sa ou genyen yo rete pou ou.”
GEN 33:10 Jacob te di: “Non, souple, si koulye a mwen twouve favè nan zye ou, alò, pran kado a nan men m, paske mwen wè figi ou tankou yon moun ki vin wè figi a Bondye, e ou te byen resevwa m.
GEN 33:11 Souple, pran kado ki te pote pou ou a, paske Bondye te aji avèk gras anvè mwen, e akoz sa m gen anpil:” Konsa, li te vin ankouraje l, e li te aksepte li.
GEN 33:12 Konsa, Esaü te di: “Annou fè vwayaj nou. Ann ale, e mwen va ale devan nou.”
GEN 33:13 Men Jacob te di li: “Mèt mwen, ou konnen ke timoun yo frajil, e ke bann mouton avèk twoupo k ap bay tete yo se yon tèt chaje pou mwen. Si yo pouse twòp, menm pou yon jou, yo va mouri.
GEN 33:14 Souple, kite mèt mwen an pase devan sèvitè li. Mwen menm mwen va avanse pi dousman, selon nesesite bèt ki devan m yo, ak selon vitès a timoun yo, jis lè m rive vè mèt mwen an nan Séir.”
GEN 33:15 Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.”
GEN 33:16 Konsa, Ésaü te fè wout li pou Séir menm jou sa a.
GEN 33:17 Jacob te vwayaje a Succoth. Li te bati pou li menm yon kay, e li te fè pak pou tout bèt li yo, epi pou sa, yo rele plas la Succoth.
GEN 33:18 Alò, Jacob te rive san pwoblèm nan vil Sichem nan peyi Canaan, lè li te sòti Paddan-Aram. Li te fè kan an devan vil la.
GEN 33:19 Li te achte yon mòso tè kote li te monte tant li nan men fis Hamor yo, papa Sichem nan, pou sòm a san pyès lajan.
GEN 33:20 Alò, la li te monte yon lotèl, e li te rele li El-Elohé-Israël.
GEN 34:1 Alò, Dina, fi Léa te fè pou Jacob la te sòti pou vizite fi peyi yo nan kote sa a.
GEN 34:2 Lè Sichem, fis Hamor a, Evyen an, prens nan peyi a te wè li, li te pran li, e pa lafòs, li te kouche avèk li.
GEN 34:3 Li te vrèman atire a Dina, fi Jacob la. Li te renmen fi a, e li te pale ak dousè avè l.
GEN 34:4 Alò, Sichem te pale avèk papa l Hamor. Li te di: “Fè m jwenn jèn fi sa a pou madanm.”
GEN 34:5 Alò, Jacob te tande ke li te vyole Dina, fi li a, men fis li yo te avèk bèt yo nan chan an. Alò, li te rete san pale jis lè yo te vin antre.
GEN 34:6 Hamor, papa a Sichem, te vin deyò a pou pale avèk li.
GEN 34:7 Alò, fis a Jacob yo te sòti nan chan an lè yo te tande koze sa a. Konsa, mesye yo te blese. Yo te vin byen fache, akoz ke li te fè yon choz meprizab an Israël lè li te kouche avèk fi Jacob la, paske yon bagay konsa pa t dwe fèt.
GEN 34:8 Men Hamor te pale avèk yo. Li te di: “Nanm fis mwen an, Sichem anvi fi ou a anpil. Pou sa, silvouplè, ba li li pou yo marye.
GEN 34:9 Annou marye yo youn pou lòt. Bay fi ou yo a nou menm, e pran fi nou yo pou ou menm.
GEN 34:10 Konsa, ou va viv avèk nou, e peyi a va vin ouvri devan nou. Viv ladann, e fè afè nou yo ladann.”
GEN 34:11 Sichem te di osi a papa ak frè a Dina, “Kite mwen twouve favè nan zye nou. Konsa, mwen va bannou nenpòt sa ke nou mande m.
GEN 34:12 Mande m tan kòm pèyman avèk kado, e mwen va bannou nenpòt sa nou mande mwen, men ban mwen fi a pou marye.”
GEN 34:13 Konsa, fis Jacob yo te reponn Sichem avèk papa li Hamor avèk desepsyon, akoz ke li te vyole Dina, sè yo a.
GEN 34:14 Yo te di yo: “Nou pa kapab fè bagay sa a, pou bay sè nou an a yon moun ki pa sikonsi. Sa ta yon wont pou nou tout.
GEN 34:15 Sou yon sèl kondisyon nou ta kapab dakò: si nou va vini tankou nou. Sa vle di ke chak mal nan nou ta vin sikonsi.
GEN 34:16 Konsa, nou va bay sè nou yo a nou menm, nou va viv avèk nou e vin yon sèl pèp.
GEN 34:17 Men si nou pa koute nou pou vin sikonsi, alò, n ap pran sè nou an e ale.”
GEN 34:18 Alò, pawòl pa yo a te parèt rezonab a Hamor avèk Sichem, fis Hamor a.
GEN 34:19 Jennonm sa a pa t pèdi tan pou fè bagay la, paske li te tèlman kontan avèk fi Jacob la. Epi li te jwenn respè depase tout moun ki lakay papa li a.
GEN 34:20 Konsa, Hamor, avèk fis li a, Sichem te vini nan pòtay vil yo, li te pale avèk mesye nan vil yo, e li te di:
GEN 34:21 “Moun sa yo se zanmi nou yo ye; pou sa, annou kite yo viv nan peyi a pou fè komès ladann, paske, gade byen, peyi a ase gran pou yo. Annou pran fi yo an maryaj, e bay fi nou yo a yo menm.
GEN 34:22 “Se sèl sou kondisyon sa a ke moun sa yo va vin dakò pou vin viv avèk nou, pou vin yon sèl pèp; ke chak mal pami nou vin sikonsi tankou yo menm tou deja sikonsi a.
GEN 34:23 Se pa ke bèt, byen ak tout zannimo yo va vin pou nou? Sèlman annou vin dakò avèk yo, e yo va viv avèk nou.”
GEN 34:24 Tout sa yo ki te sòti nan pòtay lavil la te koute Hamor, avèk fis li a, Sichem. Konsa, chak mal te sikonsi, tout moun ki te sòti nan pòtay vil la.
GEN 34:25 Alò, li te rive nan twazyèm jou a, lè yo te nan doulè, de nan fis a Jacob yo, Siméon avèk Lévi, frè a Dina yo, yo chak te pran nepe yo. Yo te vini sou vil la san yo pa konnen, e yo te touye tout mal yo.
GEN 34:26 Yo te touye Hamor avèk fis li a, Sichem, avèk lam file a nepe yo. Yo te pran Dina soti lakay Sichem nan, e yo te ale.
GEN 34:27 Fis Jacob yo te vini sou mò yo. Yo te piyaje vil la akoz ke yo te vyole sè yo a.
GEN 34:28 Yo te pran bann mouton, twoupo ak bourik, sa ki te nan vil la, ak sa ki te nan chan an.
GEN 34:29 Epi yo te kaptire e piyaje tout byen yo, tout pitit yo, madanm yo, menm tout sa ki te lakay yo.
GEN 34:30 Alò Jacob te di a Siméon avèk Lévi: “Nou vin pote pwoblèm pou mwen akoz ke nou fè m vin rayi pa abitan peyi yo, pami Kananeyen avèk Ferezyen yo. Epi akoz ke gason nou yo pa anpil, yo va rasanble kont mwen, pou atake mwen, e mwen va vin detwi, mwen menm avèk tout lakay mwen.”
GEN 34:31 Men yo te di: “Èske yo ta dwe trete sè nou an tankou yon pwostitiye?”
GEN 35:1 Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale Béthel e rete la. Fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”
GEN 35:2 Alò, Jacob te di moun lakay li yo, ak tout sa ki te avè l yo: “Mete deyò tout dye etranje yo ki pami nou, pirifye nou, e chanje rad nou.
GEN 35:3 Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.”
GEN 35:4 Alò, yo te bay Jacob tout dye etranje ke yo te genyen yo, ak zanno ki te nan zòrèy yo, e Jacob te antere kache yo anba chenn ki te toupre Sichem nan.
GEN 35:5 Pandan yo t ap vwayaje, yon gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.
GEN 35:6 Alò, Jacob te vini Luz (sa vle di, Béthel), ki nan peyi Canaan an, li menm avèk tout moun ki te avèk li yo.
GEN 35:7 Li te bati yon lotèl la, e li te rele plas la, El-Béthel, akoz ke se la Bondye te revele Li menm a li lè li te sove ale kite frè l la.
GEN 35:8 Alò, Débora, nouris Rebecca a, te mouri, e li te antere anba Béthel anba chenn nan. Bwa sa a te rele Allon-bacuth (ki vle di chenn k ap kriye a).
GEN 35:9 Alò, Bondye te vin parèt a Jacob ankò lè li te sòti Paddan-Aram, e Li te beni li.
GEN 35:10 Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël.
GEN 35:11 Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou.
GEN 35:12 Peyi ke M te bay Abraham, ak Isaac la, Mwen va ba ou li, ak desandan apre ou yo.”
GEN 35:13 Konsa, Bondye te monte kite li nan plas kote Li te pale avèk li a.
GEN 35:14 Jacob te etabli yon pilye nan plas kote Li te pale avèk li a, yon pilye wòch. Li te vide yon bwason kòm ofrann sou li; epi osi li te vide yon lwil sou li.
GEN 35:15 Alò, Jacob te nonmen plas kote Bondye te pale avèk li a Béthel.
GEN 35:16 Yo te vwayaje sòti Béthel. Lè te toujou gen yon distans pou rive Éphrata, Rachel te kòmanse fè pitit li, e li te soufri yon doulè ki te difisil.
GEN 35:17 Lè li te nan doulè rèd konsa, fanm saj la te di l: “Pa pè koulye a, paske ou va gen yon lòt gason.”
GEN 35:18 Li te rive, ke pandan nanm li t ap pati (paske li t ap mouri), ke li te nonmen li Ben-Oni; men papa li te rele li Benjamin.
GEN 35:19 Rachel te mouri e li te antere nan wout pou ale Éphrata a (sa vle di, Bethléem).
GEN 35:20 Jacob te monte yon pilye sou tonm li an, e sa se pilye a tonm Rachel jiska jounen jodi a.
GEN 35:21 Israël te avanse e li te monte tant li an pi lwen tou Migdal-Éder a.
GEN 35:22 Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob—
GEN 35:23 fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon,
GEN 35:24 fis a Rachel yo: Joseph avèk Benjamin;
GEN 35:25 fis a Bilha yo, sèvant Rachel la: Dan avèk Nephthali;
GEN 35:26 fis Zilpa yo, sèvant Léa a: Gad avèk Aser. Sa yo se fis Jacob yo ki te fèt a li menm nan Paddan-Aram.
GEN 35:27 Jacob te vini vè papa li, Isaac nan Mamré pou Kirjath-Arba (ki se Hébron), kote Abraham avèk Isaac te demere a.
GEN 35:28 Alò, jou Isaac yo te san-katre-ven ane.
GEN 35:29 Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.
GEN 36:1 Alò, sa yo se achiv jenerasyon Ésaü yo, (sa vle di, Edom).
GEN 36:2 Ésaü te pran madanm pami fi Canaan yo: Ada, fi Elon an, Etyen an, Oholibama, fi Ana a, ak gran fi a Tsibeon an, Evyen an.
GEN 36:3 Anplis, Basamath, fi Ismaël la, sè Nebajoth la.
GEN 36:4 Ada te fè Eliphaz bay Ésaü, e Basamath te fè Réuel;
GEN 36:5 Epi Oholibama te fè Jéusch, Jaelam, ak Koré. Sa yo se fis Ésaü ki te fèt a li menm nan peyi Canaan.
GEN 36:6 Epi Ésaü te pran madanm li yo, fis ak fi li yo avèk tout lakay li, bèt li yo avèk tout bèf li yo, ak tout byen ke li te ranmase nan peyi Canaan yo, e li te ale nan yon lòt peyi, lwen frè li a, Jacob.
GEN 36:7 Paske byen yo te vin twò gran pou yo ta viv ansanm, e peyi kote yo te demere a pa t kab pran yo akoz tout bèt yo te genyen yo.
GEN 36:8 Konsa, Ésaü te viv nan peyi kolin yo nan Séir. Ésaü se menm avèk Édom.
GEN 36:9 Alò, sa yo se achiv a jenerasyon Ésaü yo, papa a Edomit yo nan peyi kolin yo nan Séir.
GEN 36:10 Alò men non a fis Ésaü yo: Éliphaz, fis Ada a madanm Ésaü a, Réuel, fis Basamath la, madanm a Ésaü a.
GEN 36:11 Fis Éliphaz yo te: Théman, Omar, Tsepho, Gaetham, ak Kenaz.
GEN 36:12 Thimna te fanm lakay Éliphaz, fis Ésaü a; li te fè Amalek pou Éliphaz. Sila yo se fis Ada yo, madanm Ésaü a.
GEN 36:13 Sa yo se fis Réuel yo: Nahath, Zérach, Schamma, ak Mizza. Sa yo se te fis Basamath yo, madanm Ésaü a.
GEN 36:14 Sa yo se te fis madanm Ésaü a, Oholibama, fi Ana a, ki te pitit pitit Tsibeon an: li te fè pou Ésaü, Jéusch, Jaelam, ak Koré.
GEN 36:15 Men chèf a fis Ésaü yo. Fis Éliphaz yo, premye ne Ésaü a, se chèf Théman, chèf Omar, chèf Tsepho, chèf Kenatz,
GEN 36:16 chèf Koré, chèf Gaetham, chèf Amalek. Sa yo se chèf ki te desandan Eliphaz nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Ada yo.
GEN 36:17 Men fis Réuel, ki te fis Ésaü yo: chèf Nahath, chèf Zérach, chèf Schamma, chèf Mizza. Sa yo se chèf ki te desandan a Réuel yo, nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Basamath, madanm a Ésaü a.
GEN 36:18 Sa yo se fis a Oholibama yo, madanm a Ésaü a; chèf Jéusch, chèf Jaelam, chèf Koré. Sa yo se chèf ki te desandan pa Oholibama a, madanm a Ésaü a, fi a Ana a.
GEN 36:19 Sila yo se fis a Ésaü yo (sa vle di Édom), e sa yo se chèf yo.
GEN 36:20 Sila yo se fis Séir yo, Oryen an, pèp peyi a: Lothan, Schobal avèk Tsibeon ak Ana,
GEN 36:21 epi Dischon, Etser avèk Dischan. Sa yo se te chèf a Oryen yo, fis Séir yo, nan peyi Édom an.
GEN 36:22 Fis a Lothan yo se te Hori avèk Hémam. Sè a Lothan an se te Thimna.
GEN 36:23 Men fis a Schobal yo: Alvan, Manahath, Ébal, Schepho, avèk Onam.
GEN 36:24 Men fis a Tsibeon yo: Ajja ak Ana. Se te Ana ki te twouve sous cho nan dezè a lè l t ap fè gadyen bourik yo pou papa l, Tsibeon.
GEN 36:25 Men pitit a Ana yo: Dischon avèk Oholibama, fi a Ana a.
GEN 36:26 Men fis Dischon yo: Hemdan, Eschban, Jithran, avèk Keran.
GEN 36:27 Men fis a Etser yo: Bilhan, Zavvan avèk Akan.
GEN 36:28 Men fis a Dischan yo: Uts avèk Aran.
GEN 36:29 Men chèf Oryen yo: chèf Lothan, chèf Schobal, chèf Tsibeon, ak chèf Ana,
GEN 36:30 chèf Dischon, chèf Etser, chèf Dischan. Sa se chèf a Oryen yo, chèf ki te nan peyi Séir yo.
GEN 36:31 Men wa ki te renye nan peyi a Édom yo, avan ke yon wa te vin renye pami zanfan Israël yo.
GEN 36:32 Béla, fis Beor, te renye sou Édom; epi non vil pa l la te Dinhaba.
GEN 36:33 Béla te mouri e Jbab, fis Zérach, a Botsra te renye nan plas li.
GEN 36:34 Jbab te vin mouri; epi Huscham nan peyi Temanit yo te renye nan plas li.
GEN 36:35 Huscham te mouri; epi Hadad, fis a Bedad la te vin renye nan plas li. Se te li menm ki te frape Madian nan chan Moab la. Non a vil sa a se te Avith.
GEN 36:36 Hadad te mouri; epi Samia ak Masréka te vin renye nan plas li.
GEN 36:37 Samia te mouri; epi Saül ak Rehoboth sou larivyè Euphrate la te vin renye nan plas li.
GEN 36:38 Saül te mouri; epi Baal-Hanan, fis Acbor a te vin renye nan plas li.
GEN 36:39 Baal-Hanan, fis Acbor te mouri, epi Hadar te vin renye nan plas li. Non a vil sa a se te Pau; epi non madanm li te Mehéthabeel, fi a Mthred, fi a Mézahab la.
GEN 36:40 Men non a chèf ki te desandan Ésaü yo, selon tribi yo, selon teritwa yo, pa non yo; chèf Timna, chèf Alva, chèf Jetheth,
GEN 36:41 chèf Oholibama, chèf Éla, chèf Pinon,
GEN 36:42 chèf Kenaz, chèf Théman, chèf Mibtsar,
GEN 36:43 chèf Magdiel, chèf Iram. Sa se chèf Édom yo (sa vle di pou Ésaü, papa a Edomit yo), selon abitasyon yo, ak peyi yo te posede yo.
GEN 37:1 Alò, Jacob te viv nan peyi kote papa li te konn demere a, nan peyi Canaan an.
GEN 37:2 Sa yo se achiv a jenerasyon Jacob yo. Joseph, lè l te gen laj dis-sèt ane, li t ap okipe bann mouton an avèk frè l yo, pandan li te toujou nan jennès li, ansanm avèk fis Bila yo, ak fis Zilpa yo, madanm a papa l yo. Epi Joseph te pote yon move rapò sou yo, bay papa li.
GEN 37:3 Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon vètman plen tout koulè.
GEN 37:4 Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo. Konsa, yo te vin rayi li, e yo pa t kapab pale avèk li an amitye.
GEN 37:5 Alò, Joseph te fè yon rèv, e lè l te repete l bay frè l yo, konsa, yo te vin rayi li plis.
GEN 37:6 Li te di yo: “Souple, koute rèv sa a ke m te fè a.
GEN 37:7 Gade byen, nou t ap mare pakèt rekòlt yo nan chan an, e gade byen, pakèt pa nou yo te vin antoure pa m nan e yo te vin bese devan pakèt pa mwen yo.”
GEN 37:8 Alò, frè li yo te di li: “Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pawòl li yo.
GEN 37:9 Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo. Li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.”
GEN 37:10 Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo. Papa li te reprimande li e te di l: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?”
GEN 37:11 Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te kenbe pawòl sa yo nan tèt li.
GEN 37:12 Epi frè li yo te ale mennen bann mouton an Sichem.
GEN 37:13 Israël te di Joseph: “Èske frè ou yo p ap okipe bann mouton an Sichem? Vini pou mwen ka voye ou bò kote yo.” Epi li te reponn: “Mwen va ale”.
GEN 37:14 Alò, li te di li: “Ale koulye a pou okipe afè frè ou yo ak afè bann mouton an, e vin pote nouvèl ban mwen.” Epi li te ale nan vale Hébron an e li te rive Sichem.
GEN 37:15 Yon mesye te twouve li, e gade byen, li t ap mache toupatou nan chan an. Konsa, mesye a te mande li: “Kisa w ap chache?”
GEN 37:16 Li te di: “Mwen ap chache frè m yo. Souple, fè m konnen kote yo ap fè patiraj pou bann mouton an.”
GEN 37:17 Alò, mesye a te di: “Yo te deplase isit la, paske mwen te tande yo di: ‘Annou ale Dothan.’” Epi Joseph te swiv frè li yo, e li te twouve yo Dothan.
GEN 37:18 Lè yo te wè li depi nan distans, e avan li te parèt kote yo, yo te fè konplo pou mete li a lanmò.
GEN 37:19 Yo te di youn ak lòt: “Men sila ki fè rèv la ap vini!
GEN 37:20 Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e nou va di: ‘yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!”
GEN 37:21 Men Reuben te tande sa, li te retire li nan men yo, e li te di: “Annou pa pran lavi li.”
GEN 37:22 Reuben te di yo anplis de sa: “Pa vèse san. Jete li nan twou sila ki nan dezè a, men pa mete men sou li” —akoz lentansyon li te gen pou fè l chape nan men yo, pou l ta kapab remèt li bay papa l.
GEN 37:23 Alò li te rive ke lè Joseph te rive kote frè li yo, yo te retire vètman an sou li, (sa ki te gen anpil koulè ladann nan);
GEN 37:24 epi yo te pran li e yo te jete li nan fòs la. Alò fòs la te vid e li pa t gen dlo ladann.
GEN 37:25 Alò, yo te chita pou manje yon manje. Epi pandan yo te leve zye yo, yo te gade, e vwala, yon ekip Izmayelit ki t ap sòti Galaad, avèk chamo ki t ap pote yon chaj gòm awomatik, bòm avèk mè pou rive an Égypte.
GEN 37:26 Juda te di a frè li yo: “Ki avantaj sa ye si nou touye frè nou an, e kache san li?
GEN 37:27 Vini, annou vann li bay Izmayelit yo e annou pa mete men nou sou li, paske li se frè nou, pwòp chè nou.” Epi frè li yo te koute li.
GEN 37:28 Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa yo te mennen Joseph antre an Égypte.
GEN 37:29 Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.
GEN 37:30 Li te retounen vè frè li yo e te di: “Ti gason an pa la non; e pou mwen menm, kibò pou m ale?”
GEN 37:31 Konsa, yo te pran vètman Joseph la, yo te kòche yon mal kabrit, e yo te tranpe vètman an nan san an.
GEN 37:32 Yo te voye vètman anpil koulè a pote li bay papa yo e yo te di: “Nou te twouve sa a. Souple, gade l byen e wè si se vètman a fis ou a oswa non.”
GEN 37:33 Li te egzamine li e te di: “Se vètman fis mwen an. Yon bèt sovaj gen tan devore li. Joseph vrèman gen tan chire an mòso!”
GEN 37:34 Alò, Jacob te chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a.
GEN 37:35 Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li.
GEN 37:36 Antretan, Madyanit yo te vann li an Égypte a Potiphar, ofisye Farawon an, chèf nan kò gad la.
GEN 38:1 Epi li te vin rive nan lè sa a ke Judas te kite frè l yo, pou te vizite yon sèten Adilamit ki te rele Hira.
GEN 38:2 La, Juda te wè fi a yon sèten Kananeyen ki te rele Schua. Li te pran li e te antre an relasyon ak li.
GEN 38:3 Konsa, li te vin ansent, li te fè yon fis, e li te nonmen li Er.
GEN 38:4 Epi li te vin ansent ankò, li te bay yon fis, ki te nonmen Onan.
GEN 38:5 Li te fè toujou yon lòt fis, e li te nonmen li Schéla. Li te nan Czib lè li te fè li.
GEN 38:6 Alò, Juda te pran yon madanm pou Er, premye ne li a, e non li te Tamar.
GEN 38:7 Men Er, premye ne a Juda a te mechan nan zye a SENYÈ a e SENYÈ a te pran vi li.
GEN 38:8 Konsa, Juda te di a Onan: “Antre an relasyon ak madanm a frè ou a; fè devwa ou kòm bòfrè li, e fè leve yon posterite pou frè ou.”
GEN 38:9 Onan te konnen ke posterite sa yo pa t ap pou li. Konsa, li te jete jèm li an atè pou li pa fè pitit pou frè li.
GEN 38:10 Men sa li te fè a pa t fè SENYÈ a plezi. Li te pran vi li tou.
GEN 38:11 Alò Juda te di a bofi li, Tamar: “Rete kòm vèv lakay papa ou jiskaske fis mwen an, Schéla fin grandi.” Paske li te reflechi: “Mwen pè pou li menm tou pa ta kapab mouri menm jan ak frè li yo.” Epi Tamar te ale viv lakay papa li.
GEN 38:12 Alò, apre yon tan konsiderab, fi Schua a, madanm a Juda, te mouri. Epi lè tan tristès a lanmò a te fini, Juda te monte vè ouvriye ki t ap taye lenn mouton bò kote Thimna yo, li menm avèk zanmi li, Hira, Adilamit lan.
GEN 38:13 Konsa, yo te di a Tamar: “Veye byen, bòpè ou ap monte vè Thimna pou taye lenn mouton li yo.”
GEN 38:14 Alò, li te retire vètman vèv li a, li te kouvri tèt li avèk yon vwal, li te vlope tèt li, e li te chita nan pòtay Énaïm nan, ki nan wout pou rive Thimna. Paske li te wè ke Shéla te fin grandi, e yo pa t vin prezante li devan li kòm madanm.
GEN 38:15 Lè Juda te wè l, li te panse ke li te yon pwostitiye, paske li te kouvri figi li.
GEN 38:16 Konsa, li te vire bò kote li nan wout la, e li te di: “Alò, kite m antre an relasyon ak ou.” Paske li pa t konnen ke li te bèlfi li. Epi fi a te di: “Kisa w ap ban m pou ou ka antre an relasyon ak mwen?”
GEN 38:17 Li te di konsa: “Mwen va voye ba ou yon jèn kabrit ki sòti nan twoupo a.” Men li te di: “Èske ou va ban m yon bagay kòm yon sèman pou jis lè ou voye l?”
GEN 38:18 Li te di: “Kisa pou m ta bay ou?” Epi li te di: “Ban m so, kòd avèk baton ki nan men ou an.” Konsa, li te bay yo a li menm. Li te antre an relasyon ak li, e vèv la te vin ansent pa li menm.
GEN 38:19 Tamar te leve ale. Li te retire vwal la, e li te remete vètman a vèv yo.
GEN 38:20 Lè Juda te voye jèn kabrit la ak zanmi li, Adilamit lan, pou resevwa sa ke li te bay kòm sèman an, li pa t twouve li.
GEN 38:21 Li te mande mesye yo kote a: “Kote jennès tanp lan ki te akote wout la nan Énaïm nan?” Men yo te di li: “Pa t gen jennès tanp isit la.”
GEN 38:22 Li te retounen a Juda, e te di: “Mwen pa t twouve li. Anplis de sa, mesye nan zòn di ke: ‘Pa t gen yon jennès tanp nan zòn sa a.’”
GEN 38:23 Juda te di l: “Kite li pran yo pou kont li, sinon n ap vin yon betiz devan tout moun. Anfen, mwen te voye jèn kabrit sa a, men ou pa t twouve li.”
GEN 38:24 Alò, li te anviwon twa mwa pita ke Juda te enfòme: “Bèlfi ou Tamar te jwe wòl jennès la. Gade byen, li vin ansent nan koze sa a.” Konsa, Juda te di: “Mete li deyò e kite yo brile li.”
GEN 38:25 Epi pandan yo t ap mete li deyò, li te voye kote bòpè li pou di: “Mwen avèk pitit pa mesye ki se mèt a bagay sa yo.” Anplis, li te di: “Souple, fè yon ankèt pou vin aprann pou kilès so siyal sila a ye, e pou kilès kòd avèk baton sila yo ye?”
GEN 38:26 Juda te rekonèt yo, e te di: “Li pi jis pase mwen, paske mwen pa t bay li fis mwen an, Schéla.” Epi li pa t gen relasyon avèk li ankò.
GEN 38:27 Li te vin rive nan lè ke li t ap akouche a, gade byen, te gen jimo nan vant li.
GEN 38:28 Anplis de sa, li te rive pandan li t ap akouche a ke youn te lonje yon men deyò, e fanm saj la te mare yon fisèl wouj sou men l. Li te di: “Se sila a ki sòti avan”.
GEN 38:29 Men li te vin rive ke pandan li t ap rale men l tounen, frè l la te sòti avan. Epi li te di: “A la chemen ou gen tan fè pou kont ou!” Konsa, li te nonmen li Pérets.
GEN 38:30 Apre, frè l la te vin sòti avèk fisèl wouj mare nan men l, e li te nonmen li Zerah.
GEN 39:1 Alò, yo te pran Joseph desann an Égypte. Epi Potiphar, yon ofisye Farawon, kòmandan nan gad yo, te achte li nan men Izmayelit yo, ki te fè l desann la.
GEN 39:2 SENYÈ a te avèk Joseph, e li te byen reyisi. Li te lakay mèt li, Ejipsyen an.
GEN 39:3 Alò mèt li a te wè ke SENYÈ a te avèk li, e ke li te fè tout sa li te antreprann byen reyisi nan men l.
GEN 39:4 Konsa, Joseph te twouve favè nan zye li, e li te devni sèvitè pèsonèl li. Li te fè li chèf an tèt tout lakay li, e tout sa ke li te posede, li te mete yo sou chaj li.
GEN 39:5 Epi li te rive ke depi lè sa a li te fè li chèf lakay li, ak sou tout sa li te posede, ke SENYÈ a te beni lakay Ejipsyen an akoz Joseph. Benediksyon SENYÈ a te sou tout sa li te genyen, ni nan kay la, ni nan chan an.
GEN 39:6 Li te kite tout sa li te gen sou chaj Joseph. Konsa, li pa t okipe tèt li avèk anyen sof ke manje ke li te manje. Alò, Joseph te yon bo gason, ni nan fòm li, ni nan aparans li.
GEN 39:7 Li te vin rive apre evènman sa yo, ke madanm Potiphar a, te gade Joseph avèk anvi. Konsa, li te di: “Vin kouche avè m.”
GEN 39:8 Men Joseph te refize. Li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen.
GEN 39:9 Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?”
GEN 39:10 Pandan li te pale avèk Joseph jou aprè jou, Joseph pa t koute l menm pou kesyon kouche avè l, oswa pou li ta rete avè l.
GEN 39:11 Alò li vin rive yon jou ke li te antre nan kay la pou fè travay li, e pa t gen lòt nan ouvriye lakay yo ki te andedan kay la.
GEN 39:12 Konsa, Madanm nan te kenbe li pa vètman li. Li te di: “Kouche avè m!” Men li te kite vètman li nan men l, e te sove ale deyò.
GEN 39:13 Lè Madanm nan te vin wè ke li te kite vètman li nan men l, e li te kouri deyò,
GEN 39:14 li te rele tout gason ouvriye lakay li yo, e li te di yo: “Ou wè sa, li pote bannou yon Ebre ki pou vin fè jwèt avèk nou. Li te vin antre sou mwen pou kouche avè m, men mwen te rele fò.
GEN 39:15 Lè li tande ke m te leve vwa m pou rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen, e li te sove ale kouri deyò.”
GEN 39:16 Konsa, li te kenbe vètman an kote li jiskaske mèt li te rive nan kay la.
GEN 39:17 Alò, li te pale avèk li ak pawòl sa yo: “Esklav Ebre ke ou te mennen bannou an, te antre kote mwen pou fè spò avè m,
GEN 39:18 men lè m te leve vwa m pou te rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen pou te sove ale deyò.”
GEN 39:19 Alò, lè mèt la te tande pawòl a madanm li yo, lè li te pale pou di: “Men sa esklav ou a te fè m nan,” li te vin brile avèk kòlè.
GEN 39:20 Konsa, mèt Joseph la te pran li e te mete li nan prizon, nan plas kote prizonye ki pou wa yo te ye. Epi li te la nan prizon an.
GEN 39:21 Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.
GEN 39:22 Chèf Kasèl la te fè Joseph responsab tout prizonye yo ki te nan prizon an, jiskaske nenpòt sa ki te fèt ladann, li te vin responsab.
GEN 39:23 Chèf Kasèl la pa t sipèvize anyen ki te anba direksyon Joseph, paske SENYÈ a te avèk li, paske nenpòt sa li te fè, SENYÈ a te fè l pwospere.
GEN 40:1 Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke chèf ki te responsab pran avan gou diven an pou wa a, ansanm ak bòs boulanje a wa a te fè yon ofans kont mèt yo, Wa a Égypte la.
GEN 40:2 Farawon te vin plen ak kòlè sou ofisye sa yo, chèf ki responsab pote tas la, avèk bòs boulanje a.
GEN 40:3 Alò li te sere yo nan prizon lakay Kaptenn a kò gad la, menm kote ke Joseph te anprizone a.
GEN 40:4 Kaptenn kò gad la te mete Joseph an chaj yo, pou li te okipe yo. Konsa, yo te nan prizon an pou kèk tan.
GEN 40:5 Epi pandan tan sa a, toude moun sa yo, chèf ki te responsab pran avan gou diven an, ak bòs boulanje a wa a, te fè yon rèv nan menm nwit lan. Chak moun te fè pwòp rèv pa li, e chak rèv te gen pwòp entèpretasyon pa li.
GEN 40:6 Lè Joseph te vini kote yo nan maten, li te gade yo, e gade byen, yo te byen dekouraje.
GEN 40:7 Li te mande ofisye Farawon an sila yo, ki te anprizone avèk li nan kay mèt li a: “Poukisa figi nou tris konsa jodi a?”
GEN 40:8 Epi yo te di li: “Nou te fè yon rèv, e nanpwen pèsòn pou entèprete li.” Alò, Joseph te di yo: “Èske entèpretasyon yo pa apatyen a Bondye? Di m istwa sa a, souple.”
GEN 40:9 Epi chèf responsab goute diven an te pataje rèv li avèk Joseph, e li te di a li menm: “Nan rèv mwen an, gade byen, te gen yon pye rezen devan m,
GEN 40:10 epi sou pye rezen an, te gen twa branch. Konsa, pandan li t ap boujonnen, flè li yo te parèt, e touf flè yo te pwodwi pakèt rezen mi.
GEN 40:11 Alò, tas Farawon an te nan men m; epi mwen te pran rezen yo, mwen te peze yo nan tas Farawon an, e mwen te mete tas la nan men Farawon.”
GEN 40:12 Joseph te di l: “Men, sa se entèpretasyon sa a: twa branch sa yo se twa jou.
GEN 40:13 Nan yon tan twa jou, Farawon va leve tèt ou e reprann ou nan pozisyon ou. Ou va mete tas Farawon an nan men li menm jan ou te konn fè lè ou te nan sèvis responsab pote diven an.
GEN 40:14 Sèlman, sonje mwen lè li ale byen avèk ou, e souple, fè m gras e nonmen non mwen a Farawon pou fè m soti nan kay sa a.
GEN 40:15 Paske mwen te kidnape nan peyi Ebre yo, e menm isit la mwen pa t fè anyen pou yo ta dwe mete m nan prizon.”
GEN 40:16 Lè bòs boulanje a te wè ke li te fè yon entèpretasyon favorab, li te di Joseph: “Mwen te wè nan rèv mwen an, e gade byen, te gen twa panyen pen blan sou tèt mwen.
GEN 40:17 Epi nan panyen pi wo a, te gen kèk nan tout kalite manje kwit pou Farawon, e zwazo yo te manje yo nan panyen sou tèt mwen an.”
GEN 40:18 Alò, Joseph te reponn e te di: “Sa se entèpretasyon an. Twa panyen yo se twa jou.
GEN 40:19 Pandan twa jou ankò, Farawon va leve tèt ou sou ou. Li va pann ou sou yon bwa, e zwazo va retire chè sou ou e manje ou.”
GEN 40:20 Alò, li te vin rive nan twazyèm jou, ki te fèt nesans a Farawon an, ke li te fè yon fèt pou tout sèvitè yo. Epi li te leve tèt a chèf responsab pote manje a ak chèf bòs boulanje a pami sèvitè li yo.
GEN 40:21 Li te reprann chèf responsab pote tas la nan pozisyon li, e li te ankò vin responsab mete tas la nan men Farawon.
GEN 40:22 Men li te pann chèf bòs boulanje a jis jan ke Joseph te entèprete pou yo.
GEN 40:23 Men, chèf responsab pote manje a pa t sonje Joseph. Li te bliye li.
GEN 41:1 Alò, li te vin rive nan fin dèzane yo, Farawon te fè yon rèv, e gade byen, li te kanpe devan lariviyè Nil lan.
GEN 41:2 Konsa, gade byen, sèt bèf te sòti nan lariviyè Nil lan, byen swa, e byen gra. Yo t ap manje nan zèb flèv la.
GEN 41:3 Epi gade byen, sèt lòt bèf te sòti nan lariviyè Nil lan, byen lèd e mèg, e yo te kanpe akote lòt bèf bò kote lariviyè Nil lan.
GEN 41:4 Bèf ki te lèd e mèg yo te manje valè sèt bèf ki te swa e byen gra yo. Epi konsa, Farawon te vin leve nan dòmi.
GEN 41:5 Li te tonbe dòmi ankò, e fè rèv yon dezyèm fwa. Konsa, sèt tèt mayi te vini sou yon sèl pye mayi, ki te gwo e bon.
GEN 41:6 Epi gade byen, sèt tèt, mèg ki brile pa van lès yo, te vin boujonnen dèyè yo.
GEN 41:7 Tèt mèg yo te vale sèt tèt ki te gra e byen plen yo. Alò, Farawon te leve, e gade byen, sa se te yon rèv.
GEN 41:8 Alò, nan maten lespri li te vin twouble, e li te voye rele tout majisyen an Égypte yo, ak tout moun saj li yo. Konsa, Farawon te eksplike yo rèv li yo, men pa t gen pèsòn ki te kapab entèprete yo pou Farawon.
GEN 41:9 Alò, chèf responsab pote manje a te pale a Farawon. Li te di li: “Jodi a, mwen ta dwe admèt yon tò ke m genyen.
GEN 41:10 Farawon te byen fache avèk sèvitè li yo, e li te fè m anprizone lakay Kaptenn kò gad la, mwen menm avèk chèf boulanje a.
GEN 41:11 Nou te fè yon rèv nan menm nwit lan, mwen menm ak li menm tou. Nou chak te fè yon rèv ak pwòp entèpretasyon pa li.
GEN 41:12 Alò, te gen yon jennonm ki te la avèk nou, yon sèvitè kaptenn kò gad la, yon Ebre. Nou te pale rèv yo a li menm, e li te entèprete rèv nou yo pou nou. A chak moun li te entèprete selon pwòp rèv pa li.
GEN 41:13 Epi jan ke li te entèprete pou nou an, konsa li te vin rive. Mwen menm te vin restore nan pozisyon mwen, e li menm, lòt la, wa a te pann.”
GEN 41:14 Alò, Farawon te voye rele Joseph. Avèk vitès, yo te mennen li sòti nan prizon an. Depi li fin taye bab li e chanje rad li, li te vini devan Farawon.
GEN 41:15 Farawon te di a Joseph: “Mwen te fè yon rèv, men pa gen pèsòn ki kapab entèprete li. Men mwen tande pale de ou menm ke lè ou tande yon rèv, ou kapab bay entèpretasyon li.”
GEN 41:16 Joseph te reponn Farawon. Li te di: “Sa pa nan mwen, men Bondye va bay Farawon yon repons favorab.”
GEN 41:17 Alò, Farawon te pale avèk Joseph: “Nan rèv mwen an, men gade, mwen te kanpe arebò Rivyè Nil lan.
GEN 41:18 Epi gade byen, sèt bèf, gra e swa te vin monte sòti nan Nil lan; yo t ap manje nan zèb arebò rivyè a.
GEN 41:19 Epi gade byen, sèt lòt bèf te vin monte apre yo, kata, lèd e mèg, konsa, mwen pa t janm wè youn ki lèd nan tout peyi Égypte la.
GEN 41:20 Epi bèf mèg ak lèd yo te manje premye sèt bèf gra yo.
GEN 41:21 E lè yo te fin devore yo, ou pa t kab konnen si yo te manje yo, paske yo te rete mèg menm jan yo te ye avan an. Epi se konsa mwen te vin leve.
GEN 41:22 “Mwen te wè nan rèv mwen an tou, byen parèt, se te sèt tèt mayi, plen e bon te vini sou yon sèl pye.
GEN 41:23 Epi gade, sèt tèt sèch yo, ki brile pa van lès yo te vin pouse apre yo.
GEN 41:24 Konsa, tèt sèch yo te vale sèt bon tèt yo. Epi alò, mwen te pale sa a majisyen yo, men pa t gen youn ki ta kapab eksplike m afè sila a.”
GEN 41:25 Alò, Joseph te di a Farawon: “Rèv a Farawon yo se yon sèl ke yo ye; Bondye te di a Farawon kisa ki prèt pou fèt.
GEN 41:26 Sèt bon bèf yo se sèt ane; epi sèt bon tèt yo se sèt ane; rèv sa yo se yon sèl yo ye.
GEN 41:27 Sèt bèf lèd ak mèg yo ki te sòti apre yo a se sèt ane, e sèt tèt mèg ki brile pa van lès la va sèt ane ak gwo grangou.
GEN 41:28 “Se tankou mwen te pale a Farawon: “Bondye te montre Farawon kisa ki prèt pou rive.
GEN 41:29 Gade byen, sèt ane ak gran abondans yo ap vini nan peyi Égypte la.
GEN 41:30 Epi apre yo, sèt ane ak gwo grangou yo va vini, tout abondans sa a va gen tan bliye nan peyi Égypte la, e gwo grangou sa a va ravaje peyi a.
GEN 41:31 Alò, abondans lan p ap sonje nan peyi a akoz konsekans gwo grangou a, paske li va vrèman rèd.
GEN 41:32 Alò, pou afè repete rèv la de fwa a, li vle di Farawon ke koze sa a deja detèmine pa Bondye, e Bondye va fè l parèt byen vit.
GEN 41:33 “Alò, Farawon gen pou chèche yon nonm avèk konprann ak sajès, pou mete li responsab sou peyi Égypte la.
GEN 41:34 Kite Farawon aji pou chwazi administratè k ap pran chaj peyi a, e kite yo egzije yon senkyèm nan rekòlt peyi Égypte la, nan sèt ane abondans lan.
GEN 41:35 Konsa, kite yo ranmase tout manje nan bon ane sa yo k ap vini an, mete yo nan depo pou vil ki anba otorite Farawon yo, e kite yo mete yo anba gad.
GEN 41:36 Kite manje yo vini yon rezèv pou peyi a pandan sèt ane gwo grangou yo ki va fèt nan peyi Égypte la, pou peyi a pa peri pandan gwo grangou a.”
GEN 41:37 Alò, plan sa a te parèt bon a Farawon, ak tout sèvitè li yo.
GEN 41:38 Alò, Farawon te di a sèvitè li yo: “Èske nou kapab twouve yon lòt moun konsa, nan sila a ki gen Lespri Bondye?”
GEN 41:39 Epi Farawon te di a Joseph: “Akoz Bondye te fè ou konprann tout sa, nanpwen okenn lòt moun ki gen konprann ak sajès tankou ou menm.
GEN 41:40 Ou va sou tout lakay mwen, e selon lòd pa ou tout pèp mwen an ap fè obeyisans. Se sèl sou twòn nan ke mwen va pi wo pase ou.”
GEN 41:41 Farawon te di a Joseph: “Ou wè, mwen plase ou sou tout peyi Égypte la.”
GEN 41:42 Alò, Farawon te retire bag so a nan men li. Li te mete li nan men Joseph, e li te abiye l ak rad len fen ak yon kolye lò nan kou li.
GEN 41:43 Li te fè l monte nan dezyèm cha li a, epi li te pwoklame devan li: “Mete ajenou!” Epi li te plase li sou tout peyi Égypte la.
GEN 41:44 Anplis de sa, Farawon te di a Joseph: “Malgre mwen se Farawon, san pèmisyon pa ou, pèsòn p ap leve ni men li ni pye li sou tout peyi Égypte la.”
GEN 41:45 Alò, Farawon te nonmen Joseph Tsaphnath-Paenéach. Li te bay li Asnath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an, kòm madanm li. Epi Joseph te plase sou tout peyi Égypte la.
GEN 41:46 Alò, Joseph te gen laj trant ane lè li te kanpe devan Farawon, wa Égypte la. Epi Joseph te sòti nan prezans Farawon, e li te ale toupatou nan tout peyi Égypte la.
GEN 41:47 Pandan sèt ane abondans yo, peyi a te pwodwi anpil.
GEN 41:48 Konsa, Joseph te ranmase tout manje pandan sèt ane sa yo ki te ekoule nan peyi Égypte la, e li te mete manje yo nan vil yo. Li te mete nan chak vil, menm manje ki te sòti nan chan ki antoure li yo.
GEN 41:49 Konsa, Joseph te ranmase sereyal an gran abondans tankou sab lanmè, jiskaske li te vin sispann mezire li, paske li te depase kontwòl.
GEN 41:50 Alò, avan ane gwo grangou a te rive, de fis te vin ne a Joseph ke Asnath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an te fè pou li.
GEN 41:51 Joseph te nonmen premye ne a Manassé, paske li te di: “Bondye te fè m bliye tout pwoblèm mwen yo ak tout lakay papa m.”
GEN 41:52 Li te nonmen dezyèm nan Éphraïm, paske li te di: “Bondye fè mwen bay anpil fwi nan peyi afliksyon mwen an.”
GEN 41:53 Sèt ane abondans ki te nan peyi Égypte la te fin pase.
GEN 41:54 Epi sèt ane gwo grangou a te kòmanse, jis jan ke Joseph te di a. Alò te vin gen gwo grangou nan tout peyi yo, men nan peyi Égypte la te gen pen.
GEN 41:55 Lè tout peyi Égypte la te grangou, yo te rele fò a Farawon pou bay pen. Konsa, Farawon te di tout Ejipsyen yo: “Ale wè Joseph. Nenpòt sa li mande nou, nou va fè l.”
GEN 41:56 Gwo grangou a te fin gaye sou tout sifas tè a. Konsa, Joseph te ouvri tout depo yo pou te vann manje bay Ejipsyen yo. Gwo grangou a te byen rèd nan peyi Égypte la.
GEN 41:57 Pèp yo de tout peyi te vini an Égypte pou achte sereyal Joseph yo, akoz gwo grangou a te rèd sou tout tè a.
GEN 42:1 Alò, Jacob te wè ke te gen sereyal an Égypte, e Jacob te di fis li yo: “Poukisa nou ap gade youn sou lòt konsa?”
GEN 42:2 Li te di: “Mwen tande gen sereyal an Égypte. Desann la pou achte kèk pou nou nan kote sa, pou nou kapab viv, e pa mouri.”
GEN 42:3 Alò, dis frè Joseph yo te desann pou achte sereyal an Égypte.
GEN 42:4 Men Jacob pa t voye frè Joseph la, Benjamin avèk lòt frè li yo, paske li te di: “Mwen pè pou yon mal ta kab rive li.”
GEN 42:5 Alò, fis Israël yo te vini pou achte sereyal pami sila ki t ap vini yo, paske gwo grangou a te nan peyi Canaan an tou.
GEN 42:6 Alò, Joseph te an pouvwa nan peyi a. Se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin bese ba devan li avèk figi yo atè.
GEN 42:7 Lè Joseph te wè frè li yo, li te rekonèt yo, men li te kache idantite li devan yo, e li te pale rèd avèk yo. Li te di yo: “Kote nou sòti?” Epi yo te di: “Nan peyi Canaan, pou achte manje.”
GEN 42:8 Men Joseph te rekonèt frè l yo, malgre yo pa t rekonèt li.
GEN 42:9 Joseph te sonje rèv ke li te gen sou yo a, e li te di yo: “Se espyon nou ye! Nou te vin chache konnen pwen fèb nan defans peyi nou an.”
GEN 42:10 Alò, yo te di li: “Non, mèt mwen, men sèvitè ou yo te vin achte manje.”
GEN 42:11 “Nou tout se fis a yon sèl mesye. Nou se moun onèt, sèvitè ou, e nou pa espyon.”
GEN 42:12 Malgre sa li te di yo: “Non, men nou te vin gade pwen fèb nan defans peyi nou an.”
GEN 42:13 Men yo te reponn li: “Sèvitè ou yo se douz frè antou, fis a yon sèl mesye nan peyi Canaan; e gade byen, pi jenn nan avèk papa nou jodi a, e youn pa la ankò.”
GEN 42:14 Joseph te di yo: “Se tankou mwen te di nou, se espyon nou ye.
GEN 42:15 Men se konsa nou va pase a leprèv. Pa lavi Farawon, nou p ap sòti nan plas sa a amwenske pi jenn nan vin parèt isit la!
GEN 42:16 Voye youn nan nou ale pou li kapab chache frè nou an, pandan n ap rete anprizone, pou pawòl nou yo kapab pase a leprèv, si gen verite nan nou. Men si non, pa lavi Farawon, vrèman nou se espyon.”
GEN 42:17 Konsa, li te mete yo nan prizon pou twa jou.
GEN 42:18 Alò, Joseph te di yo nan twazyèm jou a: “Fè sa pou viv, paske mwen krent Bondye:
GEN 42:19 Si nou se moun onèt, kite youn nan frè nou yo rete anprizone nan prizon nou an; men pou nou lòt yo, ale pote sereyal pou grangou ki lakay nou yo.
GEN 42:20 Men mennen pi jenn frè nou an bò kote m, pou pawòl nou yo kapab verifye, e pou nou pa mouri.” Epi konsa, yo te fè.
GEN 42:21 Yo te di youn a lòt: “Vrèman, nou koupab nan zafè frè nou an, akoz nou te wè jan nanm li te twouble lè li te plede avèk nou, men nou te refize tande. Pou sa, kriz sila a vin rive sou nou.”
GEN 42:22 Reuben te reponn yo, e te di: “Èske mwen pa t di nou: ‘Pa peche kont tigason an;’ men nou te refize tande? Konsa, fwi san li an vin parèt.”
GEN 42:23 Men yo pa t konnen ke Joseph te konprann, paske te gen yon entèprèt antre yo.
GEN 42:24 Konsa, li te vire lwen yo e li te kriye. Men lè li te retounen vè yo, li te pale avèk yo. Li te pran Siméon nan mitan yo, e li te mare li devan zye yo.
GEN 42:25 Konsa, Joseph te bay lòd pou plen sak yo avèk sereyal, remèt lajan a chak moun nan sak li, e bay yo pwovizyon pou vwayaj la. Epi se konsa sa te fèt pou yo.
GEN 42:26 Alò, yo te chaje bourik pa yo avèk sereyal yo, e yo te soti la.
GEN 42:27 Pandan youn nan yo t ap ouvri sak li pou bay bèt la manje, li te wè lajan pa li a. Gade byen, se la li te ye, nan bouch sak la.
GEN 42:28 Epi li te di a frè l yo: “Lajan mwen an remèt wi! E gade byen, li la menm nan sak mwen an!” Konsa kè yo plonje desann. Yo te vire, tou ap tranble, youn ak lòt, e te di: “Kisa Bondye gen tan fè nou la a?”
GEN 42:29 Lè yo te rive kote papa yo Jacob, nan peyi Canaan an, yo te di li tout sa ki te rive yo. Konsa yo te di:
GEN 42:30 “Mesye a, mèt peyi a, te pale byen di avèk nou. Li te panse nou te espyon nan peyi a.
GEN 42:31 Men nou te di li: ‘Nou se moun onèt. Se pa espyon nou ye.
GEN 42:32 Nou se douz frè, fis a papa nou. Youn nan nou pa viv ankò, e pi jenn nan avèk papa nou jodi a nan peyi Canaan.’
GEN 42:33 “Epi nonm nan, mèt peyi a, te di nou: ‘Pa sa mwen va konnen ke nou se moun onèt: kite youn nan frè nou yo avè m, pran sereyal la pou pwoblèm grangou lakay nou yo, e ale.
GEN 42:34 Men mennen pi jenn frè nou an kote mwen pou m ka konnen ke nou pa espyon, men ke nou se moun onèt. Mwen va bay ou frè nou a, e w ap kapab fè komès nan peyi a.’”
GEN 42:35 Alò, li te rive ke lè yo t ap vide sak yo, ke gade byen, bous lajan chak moun te nan sak li. Lè yo menm avèk papa yo te wè lajan an, yo te sezi.
GEN 42:36 Papa yo, Jacob te di yo: “Nou fin fè m pèdi pitit mwen yo! Joseph pa la ankò, Siméon pa la ankò, e nou ta vle pran Benjamin. Tout bagay sa yo kont mwen.”
GEN 42:37 Alò, Reuben te pale avèk papa l. Li te di: “Ou kapab mete de gason mwen yo a lanmò si mwen pa mennen li retounen kote ou. Mete li sou kont mwen, e mwen va fè l retounen kote ou.”
GEN 42:38 Men Jacob te di: “Fis mwen an p ap desann avèk nou. Paske frè li a mouri, e se li sèl ki rete. Si malè ta rive li nan vwayaj ke nou ap fè a, alò, nou va mennen tèt cheve blanch sa a vè sejou mò yo avèk tristès.”
GEN 43:1 Alò, gwo grangou a te rèd nan tout peyi a.
GEN 43:2 Epi li te vin rive ke lè yo te fin manje sereyal ke yo te achte an Égypte la, papa yo te di yo: “Ale retounen, achte yon ti manje.”
GEN 43:3 Men Juda te pale avèk li. Li te di: “Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’
GEN 43:4 Si ou voye frè nou an avèk nou, nou va desann achte manje.
GEN 43:5 Men si ou pa voye li, nou p ap desann. Paske nonm nan te di nou: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’”
GEN 43:6 Alò, Israël te di: “Poukisa ou maltrete m konsa, pou nou te di mesye a ke nou te gen yon lòt frè toujou?”
GEN 43:7 Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou. Li te mande: ‘Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’”
GEN 43:8 Juda te di a papa li, Israël: “Voye jènjan an avèk mwen. Nou va leve ale, pou nou kapab viv e pa mouri, nou menm, ansanm ak ou, ak pitit ou yo.
GEN 43:9 Mwen menm, mwen va garanti pou li. Ou kapab mete m responsab li. Si mwen pa mennen l tounen bò kote ou, pou m fè l chita devan ou, alò, ke mwen rete koupab devan ou pou tout tan.
GEN 43:10 Paske si nou pa t mize, asireman kounye a nou ta gen tan retounen de fwa deja.”
GEN 43:11 Alò, papa yo, Israël te di yo: “Si sa oblije fèt, alò, fè l konsa: Pran kèk nan pi bèl pwodwi peyi a nan sak nou, pou pote desann vè nonm nan kòm kado; yon ti lwil, yon ti siwo myèl, yon ti gòm santi bon, myrr, grenn pistach fen avèk grenn zanmann.
GEN 43:12 Pran doub lajan nan men nou, e anplis, pran pou remèt nan men nou kòb ki te retounen nan bouch sak la. Petèt se te yon erè.
GEN 43:13 Pran frè nou an tou, e leve retounen vè mesye a.
GEN 43:14 Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”
GEN 43:15 Alò, mesye yo te pran kado sila yo, e yo te pran doub lajan nan men yo avèk Benjamin. Konsa, yo te leve desann an Égypte, e yo te kanpe devan Joseph.
GEN 43:16 Lè Joseph te wè Benjamin avèk yo, li te di a chèf domestik lakay li a, “Mennen mesye yo nan kay la, touye yon bèt, e fè prepare l; paske mesye sa yo ap vin manje avèk mwen a midi a.”
GEN 43:17 Alò, nonm nan te fè sa ke Joseph te mande a, e li te mennen mesye yo lakay Joseph.
GEN 43:18 Alò, mesye yo te byen pè, paske yo te mennen yo lakay Joseph. Konsa, yo te di: “Se akoz lajan ki te remèt nan sak yo premye fwa a, ke yo ap mennen nou la a, pou li kapab chache okazyon kont nou, pou tonbe sou nou, e pran nou kòm esklav avèk bourik nou yo.”
GEN 43:19 Pou sa a, yo te vin pwoche chèf domestik la. Yo te pale ak li nan antre kay la,
GEN 43:20 e yo te di: “O mèt mwen, vrèman nou te desann premye fwa a pou achte manje,
GEN 43:21 men sa te fè ke lè nou rive nan lojman nou, pou louvri sak nou, konsa, nou jwenn kòb chak moun nan bouch sak li! Tout kòb nou nèt! Konsa, nou te retounen pote li nan men nou.
GEN 43:22 Nou te pote osi, lajan anplis nan men nou pou achte manje. Nou pa konnen kilès ki te mete kòb nou yo nan sak nou yo.”
GEN 43:23 Li te di: “Rete anpè, nou pa bezwen pè. Bondye pa nou an e Bondye papa nou an te bannou trezò nan sak nou yo. Mwen te resevwa kòb nou an.” Epi li te mennen Siméon deyò bay yo.
GEN 43:24 Epi nonm nan te mennen mesye yo antre lakay Joseph. Li te bay yo dlo, e yo te lave pye pa yo. Li te bay bourik yo manje.
GEN 43:25 Konsa, yo te prepare kado yo pou lè Joseph ta vin parèt a midi, paske yo te tande ke yo te gen pou manje la.
GEN 43:26 Lè Joseph te rive lakay li, yo te pote kado ki te nan men yo bò kote li nan kay la, e yo te bese atè devan li.
GEN 43:27 Li te mande yo si tout bagay ale byen. Li te di: “Èske granmoun sou sila nou te pale m nan toujou vivan?”
GEN 43:28 Yo te di: “Sèvitè ou a, papa nou toujou byen; li toujou vivan.” Yo te bese ba pou bay respè.
GEN 43:29 Lè li te leve zye li, li te wè frè li, Benjamin, fis a manman l lan, e li te di: “Èske se sila a ki pi jenn frè nou ke nou te pale m nan?” Konsa, li te di: “Ke Bondye kapab fè ou gras, fis mwen.”
GEN 43:30 Konsa, Joseph te fè vit ale deyò, paske li te tèlman touche byen fon pa prezans frè li yo, e li te chache yon kote pou l ta kab kriye. Li te antre nan chanm li an, e li te kriye la.
GEN 43:31 Alò, li te lave figi li, e li te vin parèt deyò. Li te kontwole tèt li, e te di: “Sèvi manje a.”
GEN 43:32 Epi yo te sèvi Joseph nan yon kote pou kont li, e lòt Ejipsyen yo pou kont yo, paske yon Ejipsyen pa t kapab manje avèk yon Ebre. Paske sa se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.
GEN 43:33 Alò, yo te chita devan li, premye ne a, selon dwa nesans li, pi jenn nan selon jennès li, e mesye yo t ap gade youn lòt byen etone.
GEN 43:34 Li te pran pòsyon manje pa yo sòti nan pwòp tab li, men pòsyon Benjamin an te senk fwa plis ke tout lòt yo. Epi yo te manje e bwè, e fè kè kontan avèk li.
GEN 44:1 Alò, li te pase lòd a chèf domestik la e te di: “Ranpli sak yo avèk manje, tout sa ke yo kapab pote, e mete kòb a chak moun nan bouch sak li.
GEN 44:2 Plase tas mwen an, tas fèt an ajan an nan bouch sak pi jenn nan, ansanm ak kòb li pou sereyal la.” Epi sa te fèt jan Joseph te mande a.
GEN 44:3 Depi li te fè klè, mesye yo te voye ale, yo menm avèk bourik yo.
GEN 44:4 Yo te fenk kite vil la, e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo. Lè nou rive sou yo, di yo konsa: ‘Poukisa nou rekonpanse mal pou byen?
GEN 44:5 Èske tas sa a se pa sila ke mèt mwen an bwè ladann, e sèvi pou divinasyon an? Nou te fè mal lè nou te fè sa.’”
GEN 44:6 Alò, li te rive sou yo, e li te pale pawòl sa ak yo.
GEN 44:7 Yo te di li: “Poukisa mèt mwen an pale kalite pawòl sila yo? Sa lwen mwen pou m ta fè yon bagay konsa.
GEN 44:8 Gade byen, lajan ke nou te twouve nan bouch sak nou yo, nou te pote yo bannou soti nan peyi Canaan. Alò, kijan nou ta ka vòlè lò, oswa lajan lakay mèt la?
GEN 44:9 Avèk nenpòt kilès nan sèvitè nou yo ke nou ta twouve l, ke li mouri, e nou osi, nou va devni esklav a mèt nou.”
GEN 44:10 Alò, li te di: “Konsa kite sa fèt tankou pawòl ou; sila avèk kilès li twouve l la, li va devni esklav mwen, e tout rès nan nou va rete inosan.”
GEN 44:11 Alò, byen prese, chak moun te desann sak li atè, pou te ouvri sak li.
GEN 44:12 Li te fè ankèt, kòmanse avèk pi gran, fini avèk pi jenn nan, e tas la te twouve nan sak Benjamin an.
GEN 44:13 Konsa, yo te chire rad yo, e lè chak moun te fin chaje bèt li, yo te retounen nan vil la.
GEN 44:14 Lè Juda avèk frè li yo te vini lakay Joseph, li te toujou la, e yo te tonbe atè devan li.
GEN 44:15 Joseph te di yo: “Ki zak sa ke nou te fè la a? Èske nou pa konnen ke yon nonm tankou mwen kapab vrèman pratike divinasyon?”
GEN 44:16 Konsa, Juda te di: “Kisa nou kapab di a mèt nou? Kisa nou kapab pale? Kijan nou kapab jistifye pwòp tèt nou? Bondye te twouve inikite nan sèvitè ou yo. Gade byen, nou se esklav a mèt nou, ni nou, men osi sila ki te posede tas nou te twouve a.”
GEN 44:17 Men li te di yo: “Kite sa byen lwen pou m fè sa. Mesye sou sila nou te twouve tas la, li va esklav mwen. Men pou nou, ale anpè vè papa nou.”
GEN 44:18 Alò, Juda te pwoche li. Li te di: “O mèt mwen, silvouplè, èske sèvitè ou kapab pale yon mo nan zòrèy a mèt la, e li p ap vin fache avèk sèvitè ou a; paske ou menm jan avèk Farawon.
GEN 44:19 Mèt mwen an te mande sèvitè li yo, e te di: ‘Èske nou genyen yon papa, oswa yon frè?’
GEN 44:20 Nou te di a mèt mwen: ‘Nou gen yon papa ki granmoun, ak yon timoun li te fè nan vyeyès li. Alò, frè li a gen tan mouri, li sèl ki rete kòm pitit a manman l, e papa li renmen li.’
GEN 44:21 “Konsa, ou te di sèvitè ou yo: ‘Mennen fè l desann pou m kapab fikse zye m sou li.’
GEN 44:22 “Men nou te di a mèt nou: ‘Jènjan an pa kapab kite papa l; papa l ta mouri.’
GEN 44:23 “Malgre sa, ou te di a sèvitè ou yo: ‘Amwens ke pi jenn nan vin desann avèk nou, nou p ap wè figi m ankò.’
GEN 44:24 “Se te konsa li te rive ke lè nou te monte vè sèvitè ou, papa m, ke nou te pale li pawòl a mèt nou an.
GEN 44:25 Papa nou te di nou: ‘Retounen achte yon ti manje.’
GEN 44:26 Men nou te di: ‘Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann. Paske nou pa kapab wè figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.’
GEN 44:27 “Sèvitè ou, papa m, te di nou: ‘Ou konnen ke madanm mwen te fè de fis pou mwen.
GEN 44:28 Youn nan yo te sòti kite mwen, e mwen te di: “Asireman li te chire an mòso”, e mwen pa wè li depi lè sa.
GEN 44:29 Si ou pran sila a osi de mwen, e si malè rive li, nou va mennen cheve tèt blanch sa a anba nan sejou mò yo avèk tristès.’
GEN 44:30 “Alò, pou sa, lè mwen rive vè sèvitè ou, papa m, e pou jènjan an pa la avèk nou, paske lavi li mare ansanm avèk lavi jènjan an,
GEN 44:31 lè li wè ke jènjan an pa avèk nou, l ap mouri. Konsa sèvitè ou yo va mennen cheve blanch a sèvitè ou, papa nou anba nan sejou mò yo avèk tristès.
GEN 44:32 Paske sèvitè ou te devni yon sekirite pou jènjan a papa m nan, e mwen te di: ‘Si mwen pa fè l retounen a ou menm, alò, kite m pote koupabilite sa a devan papa m pou tout tan.’
GEN 44:33 “Alò, pou sa, kite sèvitè ou a rete, olye ke jènjan an, kòm yon esklav a mèt mwen. E kite jènjan an monte avèk frè li yo.
GEN 44:34 Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m?—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m.”
GEN 45:1 Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo. Li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li lè Joseph te revele li menm a frè l yo.
GEN 45:2 Li te kriye tèlman fò ke Ejipsyen yo te tande l. Menm lakay Farawon te tande l.
GEN 45:3 Alò, Joseph te di a frè li yo: “Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te plen de gwo perèz akoz prezans li.
GEN 45:4 Alò, Joseph te di a frè li yo: “Souple, vin pi pre m.” Epi yo te vin pi pre. Li te di: “Mwen se frè nou, Joseph, ke nou te vann pou ale an Egypte la.
GEN 45:5 Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou.
GEN 45:6 Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou dèzane sa yo, e gen senk ane toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt.
GEN 45:7 Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans.
GEN 45:8 “Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la.
GEN 45:9 “Fè vit, monte vè papa m pou di l: ‘Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la. Fè vit, vin desann kote mwen, e pa mize.”
GEN 45:10 Nou va viv nan peyi Gosen an, e nou va pre mwen, nou menm avèk pitit nou yo, pitit a pitit nou yo, bann mouton nou yo, avèk twoupo nou yo, ak tout sa ke nou genyen.’”
GEN 45:11 La, mwen va osi fè pwovizyon pou nou, paske toujou ap gen senk ane ak gwo grangou e nou menm avèk lakay nou ak tout sa nou genyen ta kapab vin megri.
GEN 45:12 Gade byen, zye nou wè, e zye a frè m nan Benjamin wè, ke se pwòp bouch mwen k ap pale ak nou.
GEN 45:13 Koulye a nou gen pou di papa m tout richès mwen gen an Égypte, ak tout sa nou te wè. Nou gen pou prese mennen papa m desann isit la.”
GEN 45:14 Konsa, li te tonbe nan kou a frè l, Benjamin, e li te kriye nan kou li.
GEN 45:15 Li te bo tout frè li yo, li te kriye sou yo, e apre frè l yo te pale avèk li.
GEN 45:16 Alò, lè nouvèl la te tande kote lakay Farawon, ke frè Joseph yo te vini, sa te fè Farawon kontan, ni sèvitè li yo.
GEN 45:17 Epi Farawon te di a Joseph: “Pale a frè ou yo, ‘Men sa pou fè; chaje bèt nou pou ale nan peyi Canaan.
GEN 45:18 Pran papa ou avèk fanmi nou yo, e vini kote mwen, mwen va bannou pi bon tè an Égypte yo, e nou va manje tout grès tè a.’”
GEN 45:19 “Koulye a mwen pase lòd: ‘Fè sa: pran cha ki sòti an Égypte yo pou pitit nou yo ak madanm nou yo, e mennen papa nou vini.
GEN 45:20 Pa okipe nou de byen nou yo, paske tout sa ki pi bon nan tout peyi Égypte la se pou nou.’”
GEN 45:21 Alò, fis Israël yo te fè sa. Epi Joseph te bay yo cha yo selon kòmann Farawon an, e li te bay yo pwovizyon pou vwayaj la.
GEN 45:22 A yo chak, li te bay echanj abiman, men a Benjamin li te bay twa san pyès an ajan, ak senk echanj abiman.
GEN 45:23 A papa li, li te voye kòm swivan: dis bourik chaje avèk pi bon bagay Égypte kab pwodwi, dis bourik femèl chaje avèk sereyal ak pen, ak nouriti pou papa l nan vwayaj la.
GEN 45:24 Konsa, li te voye frè li yo pati, e pandan yo t ap sòti, li te di yo: “Pa goumen nan vwayaj la.”
GEN 45:25 Alò yo te kite Égypte monte, e yo te vini nan peyi Canaan kote papa yo, Jacob.
GEN 45:26 Yo te pale li, e yo te di li konsa: “Joseph toujou vivan! Vrèman, li se Gouvènè tout peyi Égypte la!” Men kè Jacob te febli. Li pa t kwè yo.
GEN 45:27 Yo te di li tout pawòl ke Joseph te pale yo. Men lè li te wè cha yo ke Joseph te voye pou mennen li an, lespri papa yo, Jacob, te remonte.
GEN 45:28 Alò, Israël te di: “Sa sifi! Fis mwen an, Joseph toujou ap viv. M ap prale wè l avan ke m mouri.”
GEN 46:1 Epi Israël te pati avèk tout sa li te genyen. Li te vini Beer-Schéba e te ofri sakrifis a Bondye a papa li a, Isaac.
GEN 46:2 Bondye te pale avèk Israël nan vizyon nan nwit lan. Li te di: “Jacob, Jacob.” Jacob te reponn: “Men mwen isit la.”
GEN 46:3 Li te di: “Mwen se Bondye, Bondye a papa ou a. Pa pè desann an Égypte, paske mwen va fè nou vin yon gran nasyon la.
GEN 46:4 Mwen va desann avèk nou an Égypte. Mwen va anplis, an verite, fè nou monte ankò. Epi se men Joseph ki va fèmen zye ou.”
GEN 46:5 Alò, Jacob te leve kite Beer-Schéba. Fis Israël yo te pote papa yo, Jacob, ak pitit pa yo, ak madanm yo nan cha ke Farawon te voye pou pote yo.
GEN 46:6 Yo te pran tout bèt yo avèk tout byen yo, ke yo te vin gen nan peyi Canaan an, e yo te vini an Égypte, Jacob avèk tout desandan li yo, ansanm
GEN 46:7 avèk fis li yo, fis a fis li yo, fi li yo avèk fi a fis li yo, ak tout desandan li yo. Li te mennen tout desandan avèk li, ale an Égypte.
GEN 46:8 Alò, sa yo se non a fis a Israël yo, Jacob avèk fis li yo ki te ale an Égypte: Reuben, premye ne a Jacob la.
GEN 46:9 Fis Reuben yo: Hénoc, Pallu, Hetsron, ak Carmi.
GEN 46:10 Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin avèk Tsochar; e Saul, fis a yon fanm Kananeyèn.
GEN 46:11 Fis a Levi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.
GEN 46:12 Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach. Men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul.
GEN 46:13 Fis a Issacar yo: Tholy, Puva, Job, ak Schimron.
GEN 46:14 Fis a Zabulon yo: Séred, Élon avèk Jahleel.
GEN 46:15 Sila yo se fis a Léa yo, ke li te fè pou Jacob nan Paddan-Aram, avèk fis li, Dina; tout fis li yo ak fi li yo te vin monte a trann-twa.
GEN 46:16 Fis a Gad yo: Tsiphjon, Haggi, Schuni, Etsbon, Éri, Arodi avèk Areéli.
GEN 46:17 Fis Aser yo: Jimna, Jischva, Jischvi, ak Beria; e sè yo, Sérach. Epi fis Beria yo: Héber avèk Malkiel.
GEN 46:18 Sila yo se fis a Zilpha, sila ke Laban te bay a fi li Léa a; epi li te fè pou Jacob sèz moun sa yo.
GEN 46:19 Fis a Rachel yo, madanm a Jacob la: Joseph avèk Benjamin.
GEN 46:20 Alò, a Joseph nan peyi Égypte la, te ne Manassé ak Éphraïm, ke Asenath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an te fè pou li.
GEN 46:21 Fis a Benjamin yo: Béla, Béker, Aschbel, Guéra, Naaman, Éhi, Rosch, Muppim, Huppim, ak Ard.
GEN 46:22 Sila yo se fis a Rachel yo, ki te fèt a Jacob; te gen katòz moun antou.
GEN 46:23 Fis a Dan yo: Huschim.
GEN 46:24 Fis a Nephtali yo: Jathtseel, Guni, Jetser, ak Schillem.
GEN 46:25 Sila yo se fis a Bilha yo, ke Laban te bay a fi li, Rachel, e li te fè sa yo pou Jacob; te gen sèt moun antou.
GEN 46:26 Tout moun ki te pou Jacob yo te vini an Égypte, desandan ki te sòti dirèk sou li menm yo, san kontwole madanm a fis Jacob yo te swasann-sis moun antou.
GEN 46:27 Fis a Joseph ki te fèt pou li an Égypte yo te de. Tout moun lakay Jacob ki te vini an Égypte yo te swasann-dis.
GEN 46:28 Alò, li te voye Juda devan li vè Joseph, pou montre li chemen an devan l nan Gosen, epi yo te vini nan peyi Gosen.
GEN 46:29 Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël. Depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li te kriye nan kou li pandan anpil tan.
GEN 46:30 Konsa Israël te di a Joseph: “Koulye a kite mwen mouri, paske mwen gen tan wè figi ou, ke ou toujou vivan.”
GEN 46:31 Joseph te di a frè l yo e a lakay papa li: “Mwen va monte pou pale ak Farawon, e mwen va di li: ‘Frè m yo avèk lakay papa m, ki te nan peyi Canaan an vin kote mwen.
GEN 46:32 Mesye sa yo se bèje, paske yo te konn okipe bèt. E yo te mennen bann mouton pa yo avèk twoupo pa yo, ak tout sa yo posede.’
GEN 46:33 “Lè Farawon rele nou e di: ‘Kisa nou fè kòm metye.’
GEN 46:34 Nou va di: ‘Sèvitè ou yo ap okipe bèt depi lè nou te jenn jis rive koulye a, ni nou menm, ni papa nou yo,’ pou nou kapab viv nan peyi Gosen; paske tout bèje se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.”
GEN 47:1 Konsa, Joseph te antre pou pale ak Farawon. Li te di: “Papa m avèk frè m yo, bann mouton yo, twoupo yo, avèk tout sa yo posede, te sòti nan peyi Canaan an. Epi gade byen, yo nan peyi Gosen.”
GEN 47:2 Li te pran senk mesye pami frè li yo, e li te prezante yo bay Farawon.
GEN 47:3 Alò, Farawon te di a frè li yo: “Ki metye nou?” Epi yo te di a Farawon: “Sèvitè nou se bèje, ni nou menm, ni zansèt nou yo.”
GEN 47:4 Yo te di a Farawon: “Nou te vini pou rete tankou etranje nan peyi a, paske nanpwen patiraj pou bann mouton yo paske gwo grangou a rèd nan peyi Canaan. Alò pou sa, souple, kite sèvitè nou yo viv nan peyi Gosen an.”
GEN 47:5 Konsa, Farawon te di a Joseph: “Papa ou avèk frè ou yo te vin kote ou.
GEN 47:6 Peyi Égypte la devan ou, plase papa ou avèk frè ou yo nan pi bon pòsyon tè a, kite yo viv nan peyi Gosen an. Epi si ou konnen moun ak kapasite pami yo, alò, fè yo responsab bèt mwen yo.”
GEN 47:7 Epi Joseph te mennen papa li, Jacob. Li te prezante li bay Farawon, epi Jacob te beni Farawon.
GEN 47:8 Farawon te di a Jacob: “Konbyen ane ou gen tan viv?”
GEN 47:9 Konsa, Jacob te di a Farawon: “Lane lavi m yo sou latè se san-trant. Pa anpil, e degoutan se te ane lavi m yo. Ni yo pa menm fòs avèk lane ke zansèt mwen yo te viv pandan jou lavi pa yo.”
GEN 47:10 Konsa, Jacob te beni Farawon, e li te sòti nan prezans li.
GEN 47:11 Epi Joseph te pozisyone papa li, ak frè li yo e li te bay yo yon tèren an Égypte, nan pi bon pati nan peyi a, kote Ramsès la, tankou Farawon te kòmande a.
GEN 47:12 Joseph te founi papa li ak frè li yo, avèk tout lakay li avèk manje, selon fòs kantite pitit pa yo.
GEN 47:13 Koulye a, pa t gen manje nan tout peyi a, akoz gwo grangou a te tèlman rèd, ke peyi Égypte la ak peyi Canaan an te febli nèt akoz gwo grangou a.
GEN 47:14 Joseph te ranmase tout lajan ki te twouve nan peyi Égypte la, ak nan peyi Canaan pou sereyal ke yo te achte a, e Joseph te pote lajan an lakay Farawon.
GEN 47:15 Lè tout lajan an te fin depanse nan tout peyi Égypte la, ak tout peyi Canaan an, tout Ejipsyen yo te vin vè Joseph, e te di li: “Bannou manje, paske pou ki rezon nou ta dwe mouri nan prezans ou? Paske lajan nou fini.”
GEN 47:16 Alò, Joseph te di: “Bay bèt nou yo, e mwen va bannou manje pou bèt yo, paske kòb nou gen tan fini.”
GEN 47:17 Epi yo te mennen bèt yo kote Joseph, Joseph te bay yo manje an echanj ak cheval ak bann mouton, twoupo ak bourik. Konsa, li te bay yo manje an echanj ak tout bèt pa yo nan ane sa a.
GEN 47:18 Lè ane sa a te fini, yo te vin kote li nan lane pwochèn, e te di li: “Nou p ap kache a mèt nou ke lajan nou fin depanse, e tout twoupo bèt yo se pou mèt nou. Nanpwen anyen ki rete pou mèt la, sof ke kò nou, ak tè nou yo.
GEN 47:19 Poukisa nou ta mouri devan zye ou, ni nou menm, ni tè nou yo? Achte nou menm avèk tè nou yo, e nou va vin esklav a Farawon. Epi bannou semans pou nou ka viv, pou nou pa mouri, e pou tè a pa rete vid.”
GEN 47:20 Alò, Joseph te achte tout tè an Égypte yo pou Farawon, e chak Ejipsyen te vann tè li, akoz ke gwo grangou a te rèd sou yo. Konsa, tè a te vin pou Farawon.
GEN 47:21 Epi pou pèp la, li te deplase yo pou antre nan vil yo, sòti nan yon pwen fwontyè Égypte la, jis rive nan lòt la.
GEN 47:22 Se sèl tè prèt yo ke li pa t achte, paske prèt yo te gen yon bous ki te sòti sou Farawon, e yo te viv sou bous ke Farawon te bay yo a. Akoz sa, yo pa t vann tè pa yo a.
GEN 47:23 Epi Joseph te di a pèp la: “Veye byen, jodi a mwen te achte nou menm avèk tè nou yo pou Farawon. Men semans lan se pou nou, e nou kapab simen nan tè a.
GEN 47:24 Nan rekòlt la, nou va bay yon senkyèm a Farawon, e kat senkyèm nan ap rete pou nou pou simen nan tè a pou manje pou nou menm avèk sa ki lakay nou yo, ak pou pitit nou yo.”
GEN 47:25 Epi yo te di: “Ou gen tan sove lavi nou! Kite nou twouve favè nan zye a mèt nou, e nou va vin esklav Farawon.”
GEN 47:26 Joseph te fè yon règleman selon peyi Égypte la ki valab jis rive jou sa a ke Farawon te gen dwa a yon senkyèm nan. Sèl tè a prèt yo ki pa t vin pou Farawon.
GEN 47:27 Alò, Israël te viv nan peyi Égypte la, nan Gosen. Yo te gen tèren ladann, yo te vin trè pwodiktif, e yo te peple anpil.
GEN 47:28 Jacob te viv nan peyi Égypte pandan disèt ane'. Pou sa, fòs lavi li te san-karann-sèt ane.
GEN 47:29 Lè pou Israël mouri an t ap pwoche. Li te rele fis li, Joseph, e te di li: “Souple, si mwen te twouve favè nan zye ou, koulye a plase men ou anba fant janm mwen, e aji avèk mwen nan bòn fwa ak tandrès. Souple, pa antere mwen an Égypte,
GEN 47:30 men lè m kouche avèk zansèt mwen yo, nou va pote mwen deyò de Égypte, pou antere mwen nan plas antèman a yo menm nan.” Epi Joseph te di: “M ap fè jan ou di m nan.”
GEN 47:31 Konsa, li te di: “Sèmante ban mwen.” Epi li te sèmante ba li. Epi Israël te bese pou adore nan tèt kabann nan.
GEN 48:1 Alò, li te rive ke apre bagay sa yo, ke Joseph te vin enfòme: “Gade byen, papa ou malad.” Li te pran de fis li yo, Manassé ak Éphraïm avèk li.
GEN 48:2 Epi moun yo te pale a Jacob: “Gade byen, fis ou a, Joseph gen tan vin kote ou.” Konsa, Israël te ranmase fòs li. Li te chita sou kabann nan.
GEN 48:3 Epi Jacob te di a Joseph: “Bondye Toupwisan an te parèt a mwen nan Luz nan peyi Canaan an e Li te beni mwen.
GEN 48:4 Li te di mwen: ‘Gade byen, Mwen va fè nou donnen anpil fwi, e miltipliye anpil. Mwen va fè ou vin yon konpanyen pèp la, e Mwen va bay peyi sa a a desandan aprè ou, kòm posesyon k ap dire pou tout tan.’
GEN 48:5 “Alò, de fis ou yo ki te fèt a ou menm nan peyi Égypte la avan mwen te vin kote ou an Égypte la, se pa m. Éphraïm avèk Manassé se pou mwen, menm jan ke Ruben avèk Siméon va pou mwen.
GEN 48:6 Men pitit ou yo ki te fèt apre yo, va pou ou. Yo va rele selon non frè pa yo nan eritaj yo.
GEN 48:7 Alò, pou mwen, lè m te retounen nan Paddan, Rachel te mouri, nan tristès mwen, nan peyi Canaan an pandan vwayaj la, lè te toujou gen yon distans pou rive nan Ephrata (ki vle di Bethléem).”
GEN 48:8 Lè Israël te wè fis a Joseph yo, li te di: “Kilès moun sa yo ye?”
GEN 48:9 Joseph te di a papa li: “Sa yo se fis mwen yo, ke Bondye te ban mwen isit la.” Epi li te di: “Mennen yo isit souple, pou m kapab beni yo.”
GEN 48:10 Alò, zye Israël yo te tèlman vin fèb akoz laj ke li pa t kapab wè. Epi Joseph te mennen yo toupre li, li te bo yo e li te anbrase yo.
GEN 48:11 Israël te di a Joseph: “Mwen pa t janm sipoze ke m ta wè figi ou, e gade byen, Bondye kite mwen wè pitit ou yo tou.”
GEN 48:12 Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te bese ba avèk figi li jis atè.
GEN 48:13 Joseph te pran yo toude, Ephraïm nan men dwat li vè bò goch Israël, e nan men goch li, Manassé vè bò dwat Israël. Konsa, li te mennen yo toupre li.
GEN 48:14 Men Israël te lonje men dwat li, li te mete li sou Éphraïm, ki te pi jenn nan, e men goch li te sou tèt Manassé, avèk men l kwaze, poutan Manassé te premye ne.
GEN 48:15 Li te beni Joseph, e te di: “Bondye devan sila zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac te mache a, Bondye ki te bèje m nan pandan tout vi m jis rive jounen jodi a,
GEN 48:16 zanj ki te rachte mwen de tout mal la, beni jènjan sa yo; epi ke non mwen kapab viv toujou nan yo, e non a zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac. Ke yo kapab grandi vin fè yon gwo pèp nan mitan mond lan.”
GEN 48:17 Lè Joseph te vin wè ke papa li te poze men dwat li sou tèt Éphraïm, sa te fè l pa kontan. Li te sezi men papa li pou deplase li sou Éphraïm, ale vè tèt Manassé.
GEN 48:18 Joseph te di papa l: “Se pa sa, papa, paske se sila a ki premye ne a. Mete men dwat ou sou tèt li.”
GEN 48:19 Men papa li te refize. Li te di: “Mwen konnen, fis mwen, mwen konnen. Li osi va devni yon pèp, e li osi va vin gran. Poutan, pi jenn frè li a va pi gran pase li, e desandan li yo va devni yon gran pèp a nasyon yo.”
GEN 48:20 Li te beni yo nan jou sa a, e te di: “Pa nou menm, Israël va eksprime benediksyon li yo e va di: ‘Ke Bondye kapab fè nou tankou Éphraïm ak Manassé!’”
GEN 48:21 Konsa, Israël te di a Joseph: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, men Bondye va avèk ou, e Li va mennen ou retounen nan peyi a zansèt ou yo.
GEN 48:22 Mwen bay ou yon pòsyon anplis ke frè ou yo, ke m te pran nan men Amoreyen yo avèk nepe mwen ak banza mwen.”
GEN 49:1 Epi Jacob te rele fis li yo e te di: “Rasanble nou menm pou m kapab di nou sa k ap rive nou nan jou k ap vini yo.
GEN 49:2 Rasanble nou ansanm e tande, fis a Jacob yo. Koute Israël, papa nou.
GEN 49:3 Ruben, se ou ki premye ne mwen an; pouvwa mwen, kòmansman nan gwo fòs mwen, premye nan respè e premye nan fòs.
GEN 49:4 San kontwòl tankou dlo k ap bouyi, ou p ap genyen premye; akoz ke ou te monte sou kabann papa ou, epi ou te souye li. Li te monte sou kabann mwen.
GEN 49:5 Siméon avèk Lévi se frè yo ye. Nepe pa yo se zouti vyolans.
GEN 49:6 Pa kite nanm mwen antre nan konsèy pa yo; pa kite glwa mwen vin reyini avèk asanble pa yo. Akoz nan kòlè yo, yo te touye moun, e nan volonte egoyis pa yo, yo te koupe blese jarèt bèf.
GEN 49:7 Modi se kòlè yo, paske li fewòs; epi vanjans yo, paske li te mechan. Mwen va separe yo nan Jacob, e gaye yo nan Israël.
GEN 49:8 Juda, frè ou yo va ba ou lwanj; men ou ap sou kou lènmi ou yo. Fis a papa ou yo va vin bese ba devan ou.
GEN 49:9 Juda se jèn pòtre a yon lyon; depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte. Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon, e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve?
GEN 49:10 Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, ni bwa règleman p ap janm antre pye li jis lè Schilo vini, e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.
GEN 49:11 Li mare jenn bourik li ak pi bèl pye rezen an. Li lave vètman li yo nan diven, ak manto li yo nan san rezen yo.
GEN 49:12 Zye li fonse wouj akoz diven an, e dan li blanchi nan lèt la.
GEN 49:13 Zabulon va demere bò lanmè; li va yon pwotèj pou gwo bato yo. Lizyè l va ak Sidon.
GEN 49:14 Issacar se yon bourik gwo fòs k ap kouche ba nan mitan makout bèt.
GEN 49:15 Lè li te wè ke plas repo sa a te dous, e tè a te fè l plezi, li te double zepòl li pou pote chaj yo, e li te devni yon esklav pou kòve.
GEN 49:16 Dan va jije pèp li kon youn nan tribi Israël yo.
GEN 49:17 Dan va yon sèpan ki nan wout, yon koulèv avèk kòn nan chemen k ap mòde talon cheval la, pou fè chevalye li tonbe an aryè.
GEN 49:18 Paske delivrans ou m ap tann, o SENYÈ.
GEN 49:19 Pou Gad, piyajè yo va piyaje li, men li va piyaje vè talon pa yo.
GEN 49:20 Pou Aser, manje li va rich, e li va pwodwi bagay ki delika e ki wayal.
GEN 49:21 Nephthali se yon bich ki vin lage. Li donnen bèl pitit.
GEN 49:22 Joseph se yon branch ki donnen fwi; yon branch avèk fwi toupre yon sous. Branch li yo kouri sou yon miray.
GEN 49:23 Achè yo te atake avèk rayisman, yo te tire sou li e yo te anmède li;
GEN 49:24 men banza li te rete fèm, e bwa li yo te fò; depi nan men Toupwisan Jacob la (depi la se Bèje a, Wòch Israël la),
GEN 49:25 Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; Toupwisan an ki beni ou avèk benediksyon anwo nan syèl la, benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.
GEN 49:26 Benediksyon a papa ou yo gen tan fin depase sila a zansèt pa m yo jis rive nan limit kolin ki dire pou tout tan yo. Yo va rete sou tèt a Joseph, sou kouwòn a tèt ki byen distenge pami frè li yo.
GEN 49:27 Benjamin se yon lou voras; nan maten li va devore sa ke li kenbe, e nan aswè, li va divize piyaj la.”
GEN 49:28 Tout sa yo se douz tribi Israël yo, e se sa ke papa yo te di yo lè li te beni yo. Li te beni yo, yo chak avèk yon benediksyon ke yo te merite.
GEN 49:29 Konsa, li te bay yo chaj, e li te di yo: “Mwen prèt pou ranmase vè moun mwen yo. Antere mwen avèk zansèt mwen yo nan kav ki nan chan Éphron an, Etyen an,
GEN 49:30 nan kav ki nan chan Macpéla a, ki avan Mamré nan peyi Canaan an, ke Abraham te achte ansanm avèk chan nan men Éphron, Etyen an pou yon plas antèman.
GEN 49:31 “La menm yo te antere Abraham avèk madanm li Sarah, la yo te antere Isaac avèk madanm li Rebecca, e se la mwen te antere Léa;
GEN 49:32 chan an avèk kav ki ladann nan, te achte nan men fis a Heth yo.”
GEN 49:33 Lè li te fin chaje fis li yo, li te rale pye li anndan kabann nan, li te respire dènye souf li, e li te vin ranmase vè moun li yo.
GEN 50:1 Joseph te tonbe sou figi a papa li. Li te kriye sou li, e li te bo li.
GEN 50:2 Joseph te kòmande sèvitè li yo avèk doktè yo pou anbome kò papa l. Donk, doktè yo te anbome Israël.
GEN 50:3 Alò, karant jou te nesesè pou sa, paske se tan sa a li te pran pou anbome. Epi Ejipsyen yo te kriye pou li pandan swasanndi jou.
GEN 50:4 Lè jou doulè pou li yo te fin pase, Joseph te pale a lakay Farawon, e te di: “Si koulye a mwen jwenn favè nan zye nou, souple, pale avèk Farawon, e di:
GEN 50:5 Papa m te fè m sèmante e te di: ‘Gade byen, mwen prèt pou mouri. Nan tonm mwen ke m te fouye pou mwen menm nan peyi Canaan an, se la nou va antere mwen.’ Alò, pou sa, kite mwen monte pou antere papa m; epi mwen va retounen.”
GEN 50:6 Farawon te di: “Ale monte antere papa ou, jan li te fè ou sèmante a.”
GEN 50:7 Alò, Joseph te monte pou antere papa li, e avèk li te monte tout sèvitè a Farawon yo, ansyen lakay li yo, ak tout ansyen a peyi Égypte yo.
GEN 50:8 Tout lakay Joseph avèk frè li yo, ak lakay papa li te ale. Yo te kite sèlman timoun yo, bann mouton yo ak twoupo yo nan peyi Gosen an.
GEN 50:9 Osi te monte avèk li, cha yo avèk chevalye yo. Epi se te yon gran konpanyen.
GEN 50:10 Lè yo te vin nan glasi vannen kote Athad la, glasi ki lòtbò Jourdain an, yo te fè anpil kriye avèk gwo lamantasyon byen tris. Li te obsève sèt jou lamantasyon pou papa li.
GEN 50:11 Alò, lè abitan nan peyi a, Kananeyen yo te wè lamantasyon sa a nan glasi vannen Athad la, yo te di: “Sa se yon lamantasyon trè di pou Ejipsyen yo.” Pou rezon sa a, yo te rele li Abel-Mitsraïm, ki vle di lòtbò Jourdain an.
GEN 50:12 Se konsa fis li yo te fè pou li jan li te kòmande yo a;
GEN 50:13 paske fis li yo te pote li nan peyi Canaan an. Yo te antere li nan kav kote chan a Macpéla a avan Mamré, ke Abraham te achte ansanm avèk chan an pou yon kote antèman nan men Éphron, Etyen an.
GEN 50:14 Apre li te antere papa li, Joseph te retounen an Égypte—li menm, frè li yo, ak tout moun ki te monte avèk li pou antere papa li yo.
GEN 50:15 Lè frè a Joseph yo te wè ke papa yo te mouri, yo te di: “Kisa ki va rive si Joseph toujou pote lahèn kont nou, e deside fè vanjans pou sa nou te fè l la?”
GEN 50:16 Epi yo te voye vè Joseph e te di: “Papa ou te pase lòd avan li te mouri. Li te di:
GEN 50:17 ‘Konsa ou va di a Joseph: Souple, mwen mande ou padon pou transgresyon a frè ou yo avèk peche pa yo, paske yo te fè ou tò.’ Koulye a, souple, padone transgresyon sèvitè Bondye a papa ou yo.” Epi Joseph te kriye lè yo te pale avèk li.
GEN 50:18 Frè li yo anplis, te vin tonbe ba devan li, e yo te di: “Gade byen, nou se sèvitè ou.”
GEN 50:19 Konsa, Joseph te di yo: “Pa pè; èske mwen nan plas Bondye?
GEN 50:20 Pou nou menm, nou te anvizaje mal kont mwen, men Bondye te anvizaje sa ki bon pou Li ta kapab fè rive rezilta ke nou wè koulye a devan nou an, pou L ta kapab prezève vi a anpil moun.
GEN 50:21 Pou sa, pa pè. Mwen va fè pwovizyon pou nou avèk pitit nou yo.” Li te rekonfòte yo e li te pale avèk tandrès avèk yo.
GEN 50:22 Alò, Joseph te rete an Égypte, li menm avèk lakay papa li, epi Joseph te viv pandan san-dis ane.
GEN 50:23 Joseph te wè twazyèm jenerasyon nan fis Ephraim yo, e anplis, fis a Makir yo, fis a Manassé a te fèt sou jenou a Joseph.
GEN 50:24 Joseph te di frè li yo: “Mwen prèt pou mouri men Bondye va asireman pran swen nou, e Li va fè nou sòti nan peyi sa a vè peyi ke li te pwomèt nan sèman li a Abraham, Isaac, ak Jacob la.”
GEN 50:25 Konsa, Joseph te fè fis Israël yo sèmante. Li te di: “Anverite, Bondye va pwoteje nou, e nou va pote zo mwen monte kite isit la.”
GEN 50:26 Alò, Joseph te mouri nan laj san-dis ane. Li te anbome e yo te plase li nan yon sèkèy an Égypte.
EXO 1:1 Alò sa yo se non fis Israël yo ki te vini an Égypte avèk Jacob; yo chak te vini avèk fanmi pa yo:
EXO 1:2 Ruben, Siméon, Lévi, Juda,
EXO 1:3 Isacar, Zabulon, Benjamin,
EXO 1:4 Dan, Nephthali, Gad, ak Aser.
EXO 1:5 Tout moun ki te sòti nan zantray Jacob yo te swasann-dis moun, men Joseph te deja an Égypte.
EXO 1:6 Joseph te mouri, ni tout frè li yo avèk tout jenerasyon sila a.
EXO 1:7 Men fis Israël yo te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.
EXO 1:8 Alò yon wa tounèf ki pa te konnen Joseph te vin leve sou Égypte.
EXO 1:9 Li te di a pèp pa li a: “Gade byen, moun a fis Israël yo vin plis, e pi fò ke nou.
EXO 1:10 Vini, annou aji avèk sajès avèk yo, sinon yo va miltipliye, e si gen lagè, yo va fè alyans avèk sa ki rayi nou yo, pou goumen kont nou e kite peyi a.”
EXO 1:11 Konsa, yo te chwazi sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal.
EXO 1:12 Men plis ke yo t ap aflije yo, plis ke yo t ap ogmante, e plis yo t ap grandi. Konsa Ejipsyen yo te vin gen gwo laperèz pou fis Israël yo.
EXO 1:13 Yo te vin fòse fis Israël yo travay di.
EXO 1:14 Yo te fè vi yo vin amè avèk travay di nan mòtye avèk brik, e ak tout kalite travay nan chan an. Tout se te kòve ke yo te enpoze byen rèd sou yo.
EXO 1:15 Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua.
EXO 1:16 Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.”
EXO 1:17 Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.
EXO 1:18 Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”
EXO 1:19 Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”
EXO 1:20 Alò Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò.
EXO 1:21 Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te bay yo gran fanmi yo.
EXO 1:22 Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di: “Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.”
EXO 2:1 Alò, yon mesye lakay Lévi te marye avèk yon fi Lévi.
EXO 2:2 Fanm nan te vin ansent, li te fè yon fis. Lè l te wè ke li te byen bèl, li te kache li pandan twa mwa.
EXO 2:3 Men lè li pa t kab kache li ankò, li te pran yon panyen wozo, e li te kouvri li avèk goudwon ak gòm rezen. Konsa, li te mete pitit la ladann, e te plase li pami wozo yo akote lariviyè Nil lan.
EXO 2:4 Sè li a te kanpe nan yon distans, pou wè kisa ki kab rive li.
EXO 2:5 Fi a Farawon an te vin desann pou benyen nan Nil lan avèk sèvant li yo e yo t ap mache akote Nil lan. Konsa, li te wè panyen an pami wozo yo. Li te voye sèvant li an pou pote bay li.
EXO 2:6 Lè li te ouvri li; li te wè pitit la, e gade byen, li t ap kriye. Konsa, li te gen pitye pou li e te di: “Sa se youn nan pitit Ebre yo.”
EXO 2:7 Epi sè li a te di a fi Farawon an: “Èske mwen ta dwe al chache yon fanm nouris pami fanm Ebre yo pou ou pou l ka ba li tete pou ou?”
EXO 2:8 Epi fi a Farawon an te di li: “Ale”. Konsa, fi a te al rele manman a pitit la.
EXO 2:9 Epi fi a Farawon an te di li: “Pran pitit sa a ale, bay li tete pou mwen e mwen va ba ou salè ou.” Epi fanm nan te pran pitit la e li te bay li tete.
EXO 2:10 Pitit la te grandi, li te pote li bay fi a Farawon an, li te devni fis li. Li te bay li non Moïse, e li te di: “Akoz ke m te rale li sòti nan dlo a.”
EXO 2:11 Li te vin rive nan jou sa yo ke lè Moïse te fin grandi, li te sòti vè frè li yo, e li te wè fado yo. Li te wè yon Ejipsyen ki t ap bat yon Ebre, youn nan frè li yo.
EXO 2:12 Alò li te gade toupatou e lè l pa t wè pèsòn, li te touye li, e li te kache li nan sab la.
EXO 2:13 Li te sòti nan pwochen jou a, e gade, de Ebre t ap goumen youn avèk lòt. Li te di a sa ki gen tò a: “Poukisa ou ap frape pwochen ou an?”
EXO 2:14 Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè. Konsa li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.”
EXO 2:15 Lè Farawon te tande afè sila a, li te eseye touye Moïse. Men Moïse te sove ale de prezans li, li te vin demere nan peyi Madian, e li te vin chita la akote yon pwi.
EXO 2:16 Alò, prèt Madian an te gen sèt fi. Yo te vin rale dlo e te ranpli veso yo pou bay bann mouton papa yo dlo.
EXO 2:17 Bèje yo te vin pouse yo ale, men Moïse te kanpe pou ede fi yo, e te bay bann mouton pa yo bwè.
EXO 2:18 Lè yo te vin kote Réuel, papa yo, li te di: “Poukisa nou gen tan tounen tèlman vit konsa jodi a?”
EXO 2:19 Yo te di: “Yon Ejipsyen te delivre nou anba men a bèje yo, e anplis, li te menm rale dlo pou nou e te bay bann mouton an dlo.”
EXO 2:20 Li te di fi li yo: “Alò, kibò li ye? Poukisa nou te kite mesye sa a dèyè? Envite li vin manje yon bagay.”
EXO 2:21 Moïse te dakò rete avèk mesye a, e li te bay fi li, Séphora a Moïse.
EXO 2:22 Konsa, li te bay nesans a yon fis e li te nonmen li Guerschom, paske li te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”
EXO 2:23 Alò li te vin rive nan jou sa yo ke wa Égypte la te mouri. Epi fis Israël yo t ap fè gwo souf e t ap kriye akoz esklavaj la. Alò, kri pa yo akoz esklavaj sila a, te leve rive jwenn Bondye.
EXO 2:24 Konsa, Bondye te tande plent pa yo, epi Bondye te sonje akò Li avèk Abraham, Isaac, ak Jacob.
EXO 2:25 Bondye te wè fis Israël yo, e Bondye te konprann.
EXO 3:1 Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an. Li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini Horeb, sou mòn Bondye a.
EXO 3:2 Zanj Bondye a te parèt kote li nan yon flanm dife ki t ap brile nan mitan yon ti bwa. Li te gade, e vwala, ti bwa a t ap fè flanm dife, men brile a pa t fè l disparèt.
EXO 3:3 Alò, Moïse te di: “Se fò pou m vire akote koulye a pou m al wè bagay etonan sila a, poukisa ti bwa a pa brile nèt.”
EXO 3:4 Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Bondye te rele li depi nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!” Li te di: “Men Mwen.”
EXO 3:5 Li te di: “Pa vin pre isit la. Retire sapat nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a se tè sen.”
EXO 3:6 Li te di anplis: “Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.” Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.
EXO 3:7 SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.
EXO 3:8 Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo.
EXO 3:9 Alò, gade byen kri fis Israël yo gen tan rive devan M. Anplis, Mwen te wè avèk ki opresyon Ejipsyen yo ap oprime yo a.
EXO 3:10 Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.”
EXO 3:11 Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?”
EXO 3:12 Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, ou va adore Bondye sou mòn sila a.”
EXO 3:13 Epi Moïse te reponn Bondye: “Gade byen, lè m ale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?”
EXO 3:14 Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’”
EXO 3:15 Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo.
EXO 3:16 ‘Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “Mwen anverite te vizite nou menm, e Mwen te wè sa k ap fèt a nou menm an Égypte la.
EXO 3:17 “‘Epi Mwen te di: ‘Mwen va mennen nou soti deyò pou kite afliksyon Égypte la, pou rive nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo ak Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo nan yon peyi ki koule lèt ak myèl.’”
EXO 3:18 “Yo va koute sa ke ou di yo a. Konsa, ou menm avèk ansyen an Israël yo va vin kote wa Égypte la, e nou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te rankontre ansanm avèk nou. Pou sa, souple, kite nou fè yon vwayaj distans a twa jou nan dezè a, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.’
EXO 3:19 Men Mwen konnen ke wa Égypte la p ap kite nou ale, sof ke pa lafòs.
EXO 3:20 “Pou sa Mwen va lonje men M pou frape Égypte avèk tout zèv etonan ke Mwen va fè nan mitan tout sa. Epi apre sa, li va kite nou ale.
EXO 3:21 “Mwen va bay favè a pèp sa a devan zye Ejipsyen yo, e sa va fè ke lè nou prale, nou p ap soti men vid.
EXO 3:22 Men chak fanm va mande a vwazen li ak fanm ki rete lakay li a pou bay li kèk bagay ki fèt an ajan, avèk kèk bagay ki fèt an lò avèk rad yo. Nou va mete yo sou fis nou ak fi nou yo. Se konsa nou va piyaje Ejipsyen yo.’”
EXO 4:1 Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”
EXO 4:2 SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?” Epi li te di: “Yon baton.”
EXO 4:3 Li te di: “Jete l atè.” Moïse te jete l atè, e li te vin tounen yon sèpan; epi Moïse te kouri kite l.
EXO 4:4 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou e kenbe l nan ke l.” Li te lonje men l, li te kenbe l nan ke l, e li te tounen yon baton nan men li.
EXO 4:5 “Pou yo ta kapab kwè ke SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, ak Bondye Jacob la te parèt a ou.”
EXO 4:6 SENYÈ a anplis te di l: “Alò, fouye men ou antre kot kè ou.” Konsa, li te mete men l anndan sou kè li, e lè l te rale l deyò, li te devni lèp tankou lanèj.
EXO 4:7 Li te di l: “Mete men ou antre kot kè ou ankò.” Li te mete men l antre kot kè l ankò, e lè l te rale l, konsa, li te vin nèf tankou rès chè li.
EXO 4:8 “Si yo pa kwè ou ni resevwa temwayaj premye sign lan, yo ka petèt kwè temwayaj dènye sign lan.
EXO 4:9 Men si yo pa kwè menm de sign sa yo ni koute sa ou di a, alò, ou va pran kèk dlo nan lariviyè Nil lan, e vide li sou tè sèch la; epi dlo ke ou pran nan Nil lan va vin tounen san sou tè sèch la.”
EXO 4:10 Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”
EXO 4:11 SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa kilès ki te fè l bèbè, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a?
EXO 4:12 Alò ale, e Mwen menm, Mwen va avèk bouch ou, pou enstwi ou nan kisa ou gen pou di.”
EXO 4:13 Men li te di: “Souple, Senyè, koulye a voye mesaj la pa nenpòt lòt moun ke ou pito.”
EXO 4:14 Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Moïse, e Li te di: “Èske pa gen frè ou a, Aaron, Levit la? Mwen konnen ke li konn pale avèk fasilite. E anplis de sa, gade, l ap vin rankontre ou. Lè li wè ou, kè li va kontan.
EXO 4:15 “Ou gen pou pale avèk li, e mete pawòl yo nan bouch li. Mwen va avèk bouch pa w ak bouch pa l, e Mwen va enstwi ou kisa ou gen pou fè.
EXO 4:16 “Anplis de sa, li va pale a pèp la pou ou. Li va tankou bouch ou, e ou va tankou Bondye pou li.
EXO 4:17 Ou va pran nan men ou baton sila a; avèk li ou va fè sign yo.”
EXO 4:18 Konsa, Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, bòpè li a. Li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, pou wè si yo toujou vivan.” Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.”
EXO 4:19 Alò SENYÈ a te di a Moïse nan Madian: “Ale retounen an Égypte, paske tout mesye ki t ap chache lavi ou yo gen tan mouri.”
EXO 4:20 Moïse te pran madanm li avèk fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l.
EXO 4:21 SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale.
EXO 4:22 Ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an.
EXO 4:23 Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M, men ou te refize kite l ale. Gade byen, Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’”
EXO 4:24 Alò li te vin rive ke nan plas lojman an sou wout la SENYÈ a te rankontre Moïse e Li te chache touye li.
EXO 4:25 Konsa, Séphora te pran yon kouto wòch silèks, li te koupe prepis a fis li a; li te jete li devan pye a Moïse, e te di li: “Ou vrèman se yon mari pa san pou mwen menm.”
EXO 4:26 Epi li te kite li anpè. Nan moman sa a, li te di: “Ou se yon mari pa san —akoz sikonsizyon an.”
EXO 4:27 Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li.
EXO 4:28 Moïse te di Aaron tout pawòl ke SENYÈ a te voye avèk li a, ak tout sign ke Li te bay li lòd fè yo.
EXO 4:29 Alò, Moïse avèk Aaron te ale e te reyini tout ansyen nan fis Israël yo.
EXO 4:30 Konsa, Aaron te pale tout mo ke SENYÈ a te pale bay Moïse yo. Epi li te fè tout sign yo devan zye a pèp la.
EXO 4:31 Alò pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo. Yo te bese ba, pou te adore Li.
EXO 5:1 Apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’”
EXO 5:2 Men Farawon te di: “Kilès SENYÈ a ye pou m ta obeyi vwa Li, pou kite Israël ale? Mwen pa konnen SENYÈ a, e anplis, mwen p ap kite Israël ale.”
EXO 5:3 Yo te di: “Bondye a Ebre yo te reyini avèk nou. Souple, kite nou ale fè yon vwayaj twa jou nan dezè a pou nou kapab fè yon sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an; otreman, Li va vin tonbe sou nou ak gwo maladi, oubyen nepe.”
EXO 5:4 Men wa a Égypte la te di yo: “Moïse avèk Aaron, poukisa nou ap rale pèp la kite travay li? Ale retounen nan travay nou.”
EXO 5:5 Ankò Farawon te di: “Gade, pèp la nan peyi a koulye a vin anpil, e nou ta vle fè yo sispann fè travay yo!”
EXO 5:6 Alò menm jou a, Farawon te kòmande chèf kòve ki te sou pèp la avèk fòmann pa yo. Li te di yo:
EXO 5:7 “Nou p ap bay pèp la pay ankò pou fè brik jan nou te konn fè a. Kite yo ale ranmase pay pou kont yo.
EXO 5:8 “Menm fòs brik yo te konn fè avan an, fòk nou egzije yo fè l. Nou pa pou redwi li menm. Paske yo se parese! Se pou sa y ap kriye a: ‘Kite nou ale fè sakrifis a Bondye nou an.’
EXO 5:9 Kite travay la vin pi lou pou mesye yo. Kite yo travay pou yo pa swiv fo pawòl sa yo ankò.”
EXO 5:10 Konsa, chèf kòve a pèp yo avèk fòmann pa yo te ale deyò pou te pale avèk pèp la. Li te di: “Konsa pale Farawon: ‘Mwen p ap bannou okenn pay.
EXO 5:11 Nou menm, ale chache pay nou pou kont nou nenpòt kote nou kab jwenn nan, men pou fòs travay nou oblije fè a, li p ap redwi.’”
EXO 5:12 Konsa, pèp la te gaye nan tout peyi Égypte la pou ranmase tij sereyal pou sèvi kòm pay.
EXO 5:13 Chèf Kòve yo te peze yo rèd. Yo te di: “Konplete menm fòs travay jounen ke nou te bannou an, menm jan ke lè nou te gen pay la.”
EXO 5:14 Anplis de sa, fòmann yo, fis Israël yo, ke chèf kòve Farawon yo te mete sou yo a, te pran kou. Konsa yo te mande yo: “Poukisa nou pa t konplete sa ke nou te gen pou fè a, ni ayè, ni jodi a nan fè brik yo menm jan tankou avan an?”
EXO 5:15 Epi fòmann sou fis Israël yo te vin kriye devan Farawon. Yo te di: “Poukisa ou aji konsa avèk sèvitè ou yo?
EXO 5:16 Yo pa bay pay a sèvitè yo, men yo kontinye di nou: ‘fè brik!’ E gade byen, sèvitè ou yo pran kou, men se fot pwòp pèp pa w la.”
EXO 5:17 Men li te di: “Nou se parese! Nou pa travay menm! Se pou sa nou di: ‘Kite nou ale fè sakrifis a SENYÈ a.’
EXO 5:18 Alò koulye a, al travay! Paske nou p ap resevwa pay, men fòk nou konplete fòs kantite brik ke nou gen pou fè yo.”
EXO 5:19 Fòmann nan fis Israël yo te wè ke yo te gen gwo pwoblèm, paske li te di yo: “Nou pa pou redwi fòs kantite brik pa jou yo.”
EXO 5:20 Lè yo te kite prezans Farawon, yo te rankontre Moïse avèk Aaron paske yo t ap tann yo.
EXO 5:21 Yo te di yo: “Ke Bondye kapab gade sa nou fè a, e jije nou, paske nou te fè nou vin rayisab devan zye Farawon, e devan zye tout sèvitè li yo. Konsa nou mete yon nepe nan men yo pou yo kab touye nou.”
EXO 5:22 Alò, Moïse te retounen vè SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, poukisa ou pote mal a pèp sa a? Poukisa menm ou te voye mwen an?
EXO 5:23 Depi mwen te vin kote Farawon pou pale nan non Ou a, li te fè mechanste a pèp sila a. Ni Ou pa t delivre pèp Ou a ditou.”
EXO 6:1 SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon. Paske anba yon men pwisan, li va lage yo, e anba yon men pwisan, li va pouse yo sòti nan peyi li a.”
EXO 6:2 Bondye te pale plis avèk Moïse e te di li: “Mwen se SENYÈ a.
EXO 6:3 Mwen te parèt a Abraham, Isaac, avèk Jacob, kòm Bondye Toupwisan an, men pa pwòp non Mwen, SENYÈ a, Mwen pa t janm fè yo rekonèt Mwen.
EXO 6:4 Mwen te anplis etabli akò Mwen avèk yo, pou bay yo peyi Canaran an, peyi kote yo te rete kon etranje.
EXO 6:5 Anplis de sa, Mwen tande kri fis Israël yo, akoz Ejipsyen yo k ap kenbe yo nan esklavaj, e Mwen sonje akò Mwen an.”
EXO 6:6 “Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a. Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman.
EXO 6:7 “‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.
EXO 6:8 Mwen va mennen nou nan peyi ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon. Mwen menm se SENYÈ a.’”
EXO 6:9 Alò Moïse te pale konsa avèk fis Israël yo, men yo pa t koute Moïse akoz dekourajman avèk esklavaj di a.
EXO 6:10 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
EXO 6:11 “Ale pale Farawon, wa Égypte la, pou kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.”
EXO 6:12 Men Moïse te pale devan SENYÈ a e te di: “Gade byen, fis Israël yo pa t koute mwen. Alò, kijan Farawon ap koute mwen, paske mwen manke swa nan pale?”
EXO 6:13 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse avèk Aaron. Li te bay yo yon lòd pou fis Israël yo ak pou Farawon, wa Égypte la pou mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la.
EXO 6:14 Sa yo se te chèf an tèt yo pou lakay papa yo. Fis Ruben yo, premye ne a Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron avèk Carmi.
EXO 6:15 Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin, ak Tsochar; epi Saül, fis a yon fanm Canaran. Sa yo se fanmi Siméon yo.
EXO 6:16 Men non a fis Lévi yo avèk posterite pa yo: Guerschon, Kehath, ak Merari. Ane ke Lévi te viv yo se te san-trann-sèt ane.
EXO 6:17 Fis Guerschon yo: Libni e Schimeï selon fanmi pa yo.
EXO 6:18 Fis Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron, avèk Uziel. Ane Kehath te viv yo te de-san-trann-twa ane.
EXO 6:19 Fis Merari yo: Machli avèk Muschi. Sa yo se fanmi Lévi yo, avèk posterite pa yo.
EXO 6:20 Amram te pran pou fanm Jokébed, tant li an; epi li te fè Aaron avèk Moïse. Ane ke Amram te viv yo te de-san-trann-sèt ane.
EXO 6:21 Fis Jitsehar yo: Koré, Népheg avèk Zicri.
EXO 6:22 Fis Uziel yo: Mischaël, Eltsaphan ak Sithri.
EXO 6:23 Aaron te pran pou fanm Élischéba, fi ki pou Amminidab la, sè Nachschon an; epi li te fè pou li Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar kòm pitit.
EXO 6:24 Fis Koré yo; Assir, Elkana, avèk Abiasaph. Sa yo se fanmi tribi Korit yo.
EXO 6:25 Éléazar, fis Aaron an, te marye ak youn nan fi Puthiel yo, e li te fè Phinées kòm pitit. Sa yo se chèf an tèt Levit yo selon fanmi pa yo.
EXO 6:26 Se tout sa yo ke Senyè te pale lè l te di Aaron avèk Moïse: “Mennen fis Israël yo deyò nan peyi Égypte la selon chèf lame pa yo.”
EXO 6:27 Se te menm sa yo ki te pale avèk Farawon, wa Égypte la, pou fè yo mennen fis Israël yo sòti an Égypte. Se te menm Moïse avèk Aaron sa a.
EXO 6:28 Alò li te vin rive nan jou ke SENYÈ a te pale ak Moïse nan peyi Égypte la,
EXO 6:29 ke SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Mwen se SENYÈ a. Pale ak Farawon, wa Égypte la, tout sa ke M pale ak ou yo.”
EXO 6:30 Men Moïse te di devan SENYÈ a: “Gade byen, lèv mwen pa sikonsi. Konsa, kijan Farawon va koute mwen?”
EXO 7:1 SENYÈ a te di a Moïse: “Ou wè, Mwen fè ou vin tankou Bondye devan Farawon; epi frè ou a Aaron va pwofèt ou.
EXO 7:2 Ou va pale tout sa ke mwen te kòmande ou yo. E frè ou a, Aaron va pale avèk Farawon pou li kite fis Israël yo ale sòti nan peyi li a.
EXO 7:3 “Mwen va fè kè Farawon vin di, e mwen va miltipliye sign ak mèvèy mwen yo nan peyi Égypte la.
EXO 7:4 Men Farawon an p ap koute ou, epi konsa Mwen va mete men M sou Égypte. Mwen va mennen lame Mwen yo, pèp Mwen an, fis Israël yo, pou soti deyò peyi Égypte la avèk gwo jijman yo.
EXO 7:5 “Ejipsyen yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè mwen lonje men M sou Égypte, e fè fis Israël yo sòti nan mitan yo.”
EXO 7:6 Alò, Moïse avèk Aaron te fè jan SENYÈ a te mande yo a; se te konsa yo te Fè l.
EXO 7:7 Moïse te gen katre-ven lane, e Aaron katre-ven-twa, lè yo te pale ak Farawon an.
EXO 7:8 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron e te di:
EXO 7:9 “Lè Farawon pale nou pou di: ‘Fè yon mirak,’ alò nou va di a Aaron: Pran baton nou an e jete li atè devan Farawon, pou li kapab vin fè yon sèpan.”
EXO 7:10 Alò, Moïse avèk Aaron te vin vè Farawon, epi konsa yo te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande yo a. Aaron te jete baton li an atè devan Farawon avèk sèvitè li yo, epi li te devni yon sèpan.
EXO 7:11 Farawon osi te rele nonm saj avèk sa ki fè maji yo. Konsa, yo menm te fè menm bagay la tou. Majisyen nan Égypte yo te fè menm bagay avèk metye sekrè ak wanga pa yo.
EXO 7:12 Paske yo chak te jete baton yo atè, e chak te vin fè yon sèpan. Men baton Aaron an te vale lòt baton yo nèt.
EXO 7:13 Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
EXO 7:14 SENYÈ a te di a Moïse: “Kè a Farawon di; li refize kite pèp la ale.
EXO 7:15 Ale kote Farawon nan maten. Gade byen, l ap antre nan dlo. Plase ou menm pou rankontre li arebò lariviyè Nil lan. Ou va pran nan men ou baton ki te vin tounen sèpan an.
EXO 7:16 Ou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te voye m kote ou. Li te di: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen nan dezè a. Men, gade byen, ou pa koute jiska prezan.’”
EXO 7:17 Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a: gade byen, Mwen va frape dlo ki nan Nil lan avèk baton ki nan men m nan, e li va tounen san.
EXO 7:18 Pwason ki nan Nil yo va mouri, Nil lan va vin santi move, e Ejipsyen yo va twouve ke li difisil pou bwè dlo Nil lan.”
EXO 7:19 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Di Aaron: ‘Pran baton ou an, e lonje men ou sou dlo Égypte yo, sou rivyè yo, sou ti dlo ki koule yo, sou ti lak yo, sou rezèvwa pa yo, pou tout kapab vin tounen san. Va gen san toupatou nan tout peyi Égypte la, ni nan veso ki fèt an bwa, ak nan veso an wòch.’”
EXO 7:20 Moïse avèk Aaron te fè sa ke SENYÈ a te kòmande yo a. Li te leve baton an wo e li te frape dlo ki te nan Nil lan, devan zye a Farawon, devan zye a sèvitè li yo, e tout dlo ki te nan Nil lan te vin tounen san.
EXO 7:21 Pwason ki te nan Nil yo te mouri, e Nil lan te vin pouri jiskaske Ejipsyen yo pa t kapab bwè dlo Nil lan. Konsa, san an te toupatou nan peyi Égypte la.
EXO 7:22 Men majisyen an Égypte yo te fè menm bagay la avèk metye maji pa yo. Pou sa a, kè a Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan Bondye te di a.
EXO 7:23 Alò, Farawon te vire antre lakay li. Li pa t pran sa akè.
EXO 7:24 Tout Ejipsyen yo te fouye akote larivyè Nil lan pou jwenn dlo pou yo bwè, akoz ke yo pa t kab bwè dlo larivyè Nil lan.
EXO 7:25 Sèt Jou te pase apre SENYÈ a te frape Nil lan.
EXO 8:1 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ale kote Farawon e di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: Kite pèp Mwen an ale pou yo kab sèvi Mwen.
EXO 8:2 Men si ou refize kite yo ale, m ap frape tout tèritwa ou a avèk krapo.
EXO 8:3 Nil lan va fòmante avèk krapo ki vin monte antre lakay ou, nan chanm dòmi ou, sou kabann ou, nan kay a sèvitè ou, sou pèp ou a, nan fou ou yo, ak nan veso pou fè pen yo.
EXO 8:4 Epi krapo yo va monte sou ou menm, avèk pèp ou a, avèk sèvitè ou yo.’”
EXO 8:5 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje men ou avèk baton ou an sou rivyè yo, sou dlo k ap koule yo, sou ti lak yo, e fè krapo yo vin parèt sou peyi Égypte la.’”
EXO 8:6 Konsa, Aaron te lonje men l sou dlo Égypte yo, e krapo te vin kouvri peyi Égypte la.
EXO 8:7 Majisyen yo te fè menm bagay la avèk metye sekrè pa yo, e te fè krapo yo monte sou peyi Égypte la.
EXO 8:8 Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an, epi mwen va kite pèp la ale pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.”
EXO 8:9 Moïse te di a Farawon: “Desizyon an se pa w: fè m konnen kilè ou ta vle m soupliye pou ou avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a ke krapo sa yo vin detwi pami nou, ak lakay nou, pou yo kapab vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”
EXO 8:10 Alò li te reponn: “Demen”. Moïse te di: “Selon mo pa w, pou ou kapab konnen ke nanpwen anyen ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,
EXO 8:11 Krapo yo va pati kite nou, lakay nou yo ak sèvitè nou yo, ak pèp nou an'. Yo va vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”
EXO 8:12 Konsa, Moïse avèk Aaron te sòti devan Farawon, e Moïse te kriye a SENYÈ a, konsènan krapo yo avèk sila li te aflije Farawon yo.
EXO 8:13 SENYÈ a te fè selon pawòl Moïse la. Krapo yo te mouri nan kay yo, nan lakou yo, ak nan chan yo.
EXO 8:14 Yo te fè gwo pil avèk yo, e peyi a te vin santi pouriti.
EXO 8:15 Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
EXO 8:16 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje baton ou an e frape pousyè tè a, pou li kapab devni ti mouch fen nan tout vale an Égypte yo.’”
EXO 8:17 Yo te fè sa; Aaron te lonje men l avèk baton li an, li te frape pousyè tè a, e te vin gen ti mouch fen sou moun, ak sou bèt yo. Tout pousyè tè a te devni ti mouch nan tout peyi Égypte la.
EXO 8:18 Majisyen yo te eseye avèk metye maji pa yo pou pwodwi ti mouch fen yo, men yo pa t kapab. Te gen ti mouch yo ni sou moun, ni sou bèt.
EXO 8:19 Alò, majisyen yo te di a Farawon: “Sa se dwat Bondye.” Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
EXO 8:20 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”
EXO 8:21 “Paske si ou pa kite pèp Mwen an ale, gade byen, Mwen va voye desann gwo mouch sou sèvitè ou yo, sou pèp ou a, ak anndan lakay ou yo. Kay Ejipsyen yo va vin ranpli avèk desant mouch, ak sou tè kote yo ap viv la.
EXO 8:22 “Nan jou sa a, Mwen va mete apa peyi Gosen, kote pèp Mwen an ap viv la, pou desant mouch yo pa rive la, pou ou ka konnen ke Mwen, SENYÈ a sou latè a.
EXO 8:23 Mwen va mete yon divizyon antre pèp Mwen an ak pèp pa w la. Demen sign sa a va parèt.”
EXO 8:24 Alò SENYÈ a te fè sa. Te vini gran desant gwo mouch nan kay Farawon an ak kay sèvitè pa li yo, e peyi a te vin devaste akoz desant gwo mouch yo nan tout peyi Égypte la.
EXO 8:25 Farawon te rele Moïse avèk Aaron. Li te di: “Ale fè sakrifis a Bondye nou an pa anndan peyi a.”
EXO 8:26 Men Moïse te di: “Li pa bon pou nou fè sa, paske nou va fè sakrifis a SENYÈ a ki se yon abominasyon pou Ejipsyen yo. Si nou fè sakrifis ki se yon abominasyon pou Ejipsyen yo, èske yo p ap lapide nou avèk kout wòch?
EXO 8:27 Nou dwe fè yon vwayaj twa jou nan dezè a, pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li kòmande nou an.”
EXO 8:28 Farawon te di: “M ap kite nou ale, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye pa w la nan dezè a; men nou p ap prale lwen. Priye pou Mwen.”
EXO 8:29 Alò, Moïse te di: “Gade byen, Mwen ap sòti devan ou, mwen va priye a SENYÈ a pou desant mouch yo sòti sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a demen; men pinga kite Farawon aji an desepsyon ankò pou refize kite pèp la ale pou fè sakrifis a SENYÈ a.”
EXO 8:30 Alò, Moïse te sòti devan Farawon, e li te priye a SENYÈ a.
EXO 8:31 SENYÈ a te fè jan Moïse te mande a, Li te fè desant gwo mouch yo vin disparèt sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a. Pa t gen youn ki te rete.
EXO 8:32 Men Farawon te andisi kè l fwa sa a ankò, e li pa t kite pèp la ale.
EXO 9:1 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale bò kote Farawon e pale avèk li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
EXO 9:2 Paske si ou refize kite yo ale, e kontinye kenbe yo,
EXO 9:3 gade byen, men Bondye va vini avèk yon epidemi byen sevè sou bèt ki nan chan ou yo, sou cheval yo, sou bourik yo, sou chamo yo, sou twoupo yo, ak sou bann mouton yo.
EXO 9:4 Men SENYÈ a va distenge antre bèt Israël yo avèk bèt Ejipsyen yo, pou okenn pa mouri nan sa ki pou fis Israël yo.’”
EXO 9:5 SENYÈ a te etabli yon tan detèmine, e Li te di: “Demen SENYÈ a va fè bagay sa a nan peyi a.”
EXO 9:6 Alò, SENYÈ a te fè bagay sa a nan jou ki te vini an, e tout bèt Égypte yo te mouri; men pou bèt fis Israël yo, pa gen youn ki te mouri.
EXO 9:7 Farawon te voye, e gade byen, pa menm youn nan bèt Israël yo pa t mouri. Men kè Farawon te vin di, e li pa t kite pèp la ale.
EXO 9:8 Alò SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: “Pran kèk men plen avèk poud chabon ki sòti nan fou kanari yo, e kite Moïse voye li vè syèl la devan zye a Farawon.
EXO 9:9 Li va vin fè yon poud fen ki kouvri tout peyi Égypte la, e li va devni gwo bouton k ap pete tankou maleng ni sou moun ni sou bèt.”
EXO 9:10 Alò yo te pran chabon ki sòti nan fou kanari yo, e yo te kanpe devan Farawon; epi Moïse te voye li vè syèl la, e li te devni gwo bouton k ap pete tankou maleng ni sou moun, ni sou bèt.
EXO 9:11 Majisyen yo pa t kab kanpe devan Moïse akoz bouton yo, paske bouton yo te sou majisyen yo menm jan ak tout Ejipsyen yo.
EXO 9:12 Men SENYÈ a te fè kè Farawon vin di, e li pa t koute yo, jan ke SENYÈ a te di a Moïse la.
EXO 9:13 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten e kanpe devan Farawon pou di li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
EXO 9:14 Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.
EXO 9:15 “‘Paske si Mwen te deja lonje men M pou frape ou ak pèp ou a avèk epidemi, nou t ap deja disparèt sou latè.
EXO 9:16 Men vrèman, pou rezon sa a, Mwen kite nou la jiska prezan: pou M kapab montre nou pouvwa Mwen e pwoklame pouvwa Mwen sou tout latè.
EXO 9:17 Malgre sa, ou toujou monte tèt ou kont pèp Mwen an, lè ou refize kite yo ale.
EXO 9:18 “‘Gade byen, vè lè sa a demen, Mwen va voye lagrèl byen gwo, tankou yo pa janm wè an Égypte depi lè li te fonde, jiska prezan.
EXO 9:19 Alò, pou sa, mennen bèt nou yo avèk nenpòt sa nou gen nan chan an anba pwoteksyon. Chak moun oswa bèt ki twouve yo nan chan an, e ki pa mennen lakay yo, lè lagrèl la vin desann sou yo, yo va mouri.’”
EXO 9:20 Sèman sila pami sèvitè Farawon yo ki te krent pawòl SENYÈ a te fè pwòp sèvitè li yo avèk bèt li yo sove ale nan kay yo.
EXO 9:21 Men sila ki pa t okipe sa yo, te kite sèvitè li yo avèk bèt li yo nan chan an.
EXO 9:22 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou lagrèl kapab tonbe sou tout tè Égypte la, sou moun, sou bèt, e sou chak plan nan chan tout kote nan peyi Égypte la.”
EXO 9:23 Moïse te lonje baton li vè syèl la, e SENYÈ a te voye zeklè, loray avèklagrèl, avèk gwo kout dife ki te kouri rive jis atè. Konsa, SENYÈ a te fè lagrèl desann sou tout tè Égypte la.
EXO 9:24 Alò te gen lagrèl, avèk dife ki te lanse, ki t ap vòltije tout tan nan mitan lagrèl la, byen sevè, jan peyi Égypte la pa t janm wè depi li te devni yon nasyon.
EXO 9:25 Lagrèl la te frape tout sa ki te nan chan nan tout pati an Égypte, ni moun, ni bèt. Lagrèl la te frape osi chak plan nan chan an epi te chire an mòso chak bwa nan chan an.
EXO 9:26 Sèlman nan peyi Gosen an, kote fis Israël yo te ye a, pa t gen lagrèl la.
EXO 9:27 Alò, Farawon te voye kote Moïse avèk Aaron, e te di yo: “Mwen te peche fwa sa a. SENYÈ a se sila ki dwat la, epi mwen avèk pèp mwen an se nou ki mechan.
EXO 9:28 Fè lapriyè bay SENYÈ a, paske te gen kont tonnè avèk lagrèl. Mwen va kite nou ale, e nou p ap rete ankò.”
EXO 9:29 Moïse te di li: “Depi mwen kite vil la, m ap ouvri men m bay SENYÈ a. Tonnè a va sispann, e p ap gen lagrèl ankò, pou ou kapab konnen ke tè a se pou SENYÈ a.
EXO 9:30 Men pou ou menm, avèk sèvitè ou yo, mwen konnen ke nou poko krent SENYÈ Bondye a.”
EXO 9:31 Alò pye koton swa yo avèk lòj la te gate, paske lòj la te fè gwo tèt, e koton swa a t ap boujonnen.
EXO 9:32 Men ble a avèk pitimi a pa t gate paske yo te vin mi pita.
EXO 9:33 Alò, Moïse te kite vil la sòti devan Farawon, e li te lonje men li vè SENYÈ a; epi tonnè avèk lagrèl la te sispann, e lapli pa t tonbe sou latè ankò.
EXO 9:34 Men lè Farawon te wè ke lapli avèk tonnè a te sispann, li te peche ankò, e li te andisi kè l, li menm avèk sèvitè li yo.
EXO 9:35 Kè Farawon te vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale, jan SENYÈ a te pale ak Moïse la.
EXO 10:1 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale vè Farawon, paske Mwen te fè kè l di, ak kè a sèvitè li yo, pou Mwen kapab fè sign sa yo selon Mwen menm pami yo,
EXO 10:2 epi pou ou kapab rakonte nan zòrèy fis ou yo, ak fis a fis ou yo sa Mwen te fè Égypte, ak jan Mwen te fè sign Mwen yo pami yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
EXO 10:3 Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
EXO 10:4 “‘Oswa, si ou refize kite pèp Mwen an ale, gade byen, demen Mwen va mennen krikèt nan tèritwa pa w la.
EXO 10:5 Yo va kouvri tout sifas latè pou pèsòn pa kab wè tè a. Yo va anplis manje rès nan sa ki te chape yo—sa ki te rete pou ou aprè lagrèl la—e yo va manje chak bwa ki vin boujonnen pou ou nan chan an.
EXO 10:6 Konsa, kay nou yo va vin ranpli, kay a tout sèvitè nou yo, e kay a tout Ejipsyen yo, yon bagay ke ni papa nou yo, ni papa a papa nou yo pa t janm wè, depi jou ke yo te vini sou tè a, jiska jodi a.’” Konsa, li te vire kite Farawon.
EXO 10:7 Sèvitè Farawon yo te di li: “Pou konbyen de tan mesye sila a ap rete tankou yon pèlen pou nou? Kite mesye yo ale pou yo kapab sèvi SENYÈ Bondye a yo. Èske ou pa wè ke Égypte gen tan fin detwi?”
EXO 10:8 Alò, yo te mennen Moïse avèk Aaron retounen vè Farawon. Li te di yo: “Ale sèvi SENYÈ a, Bondye ou a! Kilès nan nou k ap prale yo?”
EXO 10:9 Moïse te di: “Nou va ale avèk jenn nou yo, ak granmoun nou yo. Avèk fis nou yo ak fi nou yo, avèk bann mouton nou yo, ak twoupo nou yo. Nou va ale, paske nou oblije fè yon fèt pou onore SENYÈ a.”
EXO 10:10 Alò li te di yo: “Vrèman SENYÈ a avèk nou, si janmen ou wè mwen ta kite nou avèk pitit nou yo ale! Veye nou, paske se mechanste nou anvizaje nan tèt nou.
EXO 10:11 Se pa konsa! Ale koulye a ak mesye ki pami nou yo, pou sèvi SENYÈ a, konsi se sa menm nou vle fè.” Konsa yo te chase yo ale kite prezans Farawon.
EXO 10:12 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou sou peyi Égypte la pou krikèt yo, pou yo kapab vin monte sou peyi Égypte la, pou yo ka manje chak plan ki nan tè a, menm tout sa ke lagrèl la te kite yo.”
EXO 10:13 Alò, Moïse te lonje baton li sou peyi Égypte la, e SENYÈ a te dirije yon van lès sou latè pandan tout jounen an, ak tout nwit lan. Epi lè li te vin maten, van lès la te pote krikèt yo.
EXO 10:14 Krikèt yo te vini sou tout latè an Égypte. Yo te vin rete nan tout tèritwa Égypte la; yo te debòde l nèt. Pa t janm genyen fòs kantite krikèt egal a sa a, ni p ap janm genyen ankò.
EXO 10:15 Paske yo te kouvri sifas tout tè a, jiskaske latè te vin tounwa, epi yo te manje chak plant peyi a ak tout fwi nan bwa ke lagrèl te kite yo. Konsa, anyen vèt pa t rete nan bwa yo ni plant chan yo nan tout peyi Égypte la.
EXO 10:16 Alò, Farawon te fè vit pou rele Moïse avèk Aaron, e li te di: “Mwen te peche kont SENYÈ a Bondye nou an, e kont nou menm.
EXO 10:17 Alò, pou sa, souple padone peche mwen yo sèlman pou fwa sa a, e fè lapriyè pou mwen bay SENYÈ a, Bondye nou an, pou Li ta sèlman retire lanmò sa a sou mwen.”
EXO 10:18 Li te sòti devan Farawon e li te fè lapriyè bay SENYÈ a.
EXO 10:19 Alò, SENYÈ a te fè van an chanje an yon van lwès byen fò ki te leve pran tout krikèt yo, e te voye yo nan Lamè Wouj. Menm yon sèl krikèt pa t rete nan tout tèritwa Égypte la.
EXO 10:20 Men SENYÈ a te fè kè Farawon an vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale.
EXO 10:21 Alò SENYÈ a te di Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou kapab vin gen tenèb sou tout peyi Égypte la, menm yon tenèb tèlman lou ke yon moun ka santi l.”
EXO 10:22 Alò Moïse te lonje men l vè syèl la, e te vin gen yon pwofon tenèb nan tout peyi Égypte la pandan twa jou.
EXO 10:23 Yo pa t kapab wè youn lòt ni pèsòn pa t leve kite kote yo ye a pandan twa jou. Men tout fis Israël yo te gen limyè nan andwa pa yo a.
EXO 10:24 Alò Farawon te rele Moïse. Li te di: “Ale, sèvi SENYÈ a, men kite bann mouton avèk twoupo yo dèyè. Menm pitit nou yo kapab ale avèk nou.”
EXO 10:25 Men Moïse te di: “Ou oblije osi kite nou fè sakrifis e brile ofrann, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.
EXO 10:26 Pou sa, bèt nou yo tou ap prale avèk nou. Pa menm youn zago p ap rete dèyè, paske nou va pran kèk nan yo pou sèvi SENYÈ a, Bondye nou an. Epi jiskaske nou rive la, nou menm pa konnen avèk kilès nan yo nou oblije sèvi SENYÈ a.”
EXO 10:27 Men SENYÈ a te fè kè a Farawon vin di, e li pa t dakò kite yo ale.
EXO 10:28 Alò, Farawon te di li: “Sòti sou mwen! Veye ou pou pa wè figi m ankò, paske nan jou ou wè figi m ou va mouri.”
EXO 10:29 Moïse te di: “Ou gen rezon; Mwen p ap janmen wè figi ou ankò!”
EXO 11:1 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Yon malè anplis Mwen va fè rive sou Farawon, ak sou Égypte; apre sa li va kite nou sòti isit la. Lè li kite nou ale, anverite li va pouse nou ale sòti isit la nèt.
EXO 11:2 Pale koulye a pou tout moun tande, ke chak gason mande vwazin li, e chak fanm vwazen pa li pou kèk bagay fèt an ajan ak bagay ki fèt an lò.”
EXO 11:3 SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo. Anplis nonm nan, Moïse te byen estime nan peyi Égypte la, ni nan zye sèvitè a Farawon yo, ni nan zye a moun yo.
EXO 11:4 Moïse te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Vè minwit M ap prale nan mitan Égypte la.
EXO 11:5 Epi tout nan premye ne nan peyi Égypte yo va mouri, soti nan premye ne Farawon ki chita sou twòn li an, jiska premye ne nan fi esklav ki dèyè wòch moulen yo; menm tout nan premye ne nan bèt yo tou.
EXO 11:6 Anplis de sa, va gen yon gran kri lamantasyon jan li pa t genyen avan, ak jan li p ap janm genyen ankò.
EXO 11:7 Men kont fis Israël yo, menm yon chen p ap jape, ni kont moun ni kont bèt, pou nou kapab konprann, jan SENYÈ a fè yon distenksyon antre Égypte avèk Israël.
EXO 11:8 “‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.
EXO 11:9 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Farawon p ap koute ou, pou mèvèy Mwen yo kapab vin miltipliye nan peyi Égypte la.”
EXO 11:10 Moïse avèk Aaron te fè tout mèvèy sa yo devan Farawon; malgre sa, SENYÈ a te fè kè l di, e li pa t kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.
EXO 12:1 Alò, SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron nan peyi Égypte la:
EXO 12:2 “Mwa sa a va vin premye nan mwa yo pou nou. Li va premye mwa nan ane a pou nou.
EXO 12:3 “Pale a tout asanble Israël la, e di: ‘Nan dizyèm mwa sa a, yo chak va pran yon jenn mouton pou yo menm, selon kay pa yo, yon mouton pou chak kay.
EXO 12:4 Alò, si kay la twò piti pou yon jenn mouton, li menm avèk vwazen li ap pran youn pou kont yo, selon kantite moun ki nan yo selon sa ke chak moun ta kab manje, nou va divize jenn mouton an.
EXO 12:5 “‘Jenn mouton nou an va yon jenn mal, ak laj yon lane, san defo. Nou ka pran li pami mouton yo, oswa kabrit yo.
EXO 12:6 Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè.
EXO 12:7 Anplis, yo va pran kèk nan san an, e mete li sou de chanbrann pòt kay la, ak sou de travès lento pòt kay la kote yo va manje li a.
EXO 12:8 “‘Yo va manje chè a menm nwit lan, boukannen li nan dife, e yo va manje li avèk pen san ledven, ak zèb anmè.
EXO 12:9 Pa manje anyen nan li ki pa kwit, ni ki bouyi avèk okenn dlo, men pito ki boukannen nan dife, ni tèt li, ni janm li yo ansanm avèk zantray li yo.
EXO 12:10 Epi nou pa pou kite anyen nan li pou maten men nenpòt sa ki rete nan li, nan maten nou va brile li nan dife.
EXO 12:11 Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se Pak SENYÈ a.
EXO 12:12 “‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a.
EXO 12:13 San an va yon sign pou nou sou kay kote nou rete yo. Lè Mwen wè san an, Mwen va pase sou nou, e nanpwen touman k ap rive nou, ni detwi nou lè Mwen frape peyi Égypte la.
EXO 12:14 “‘Alò, jou sa a va vin yon jou pa janm bliye pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a. Pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’”
EXO 12:15 “Pandan Sèt jou nou va manje pen san ledven, men nan premye jou a, nou va retire tout ledven ki nan kay nou yo. Paske nenpòt moun ki manje nenpòt bagay avèk ledven depi nan premye jou a jis rive nan setyèm jou a, moun sa va koupe retire nèt de Israël.
EXO 12:16 “Nan premye jou a nou va fè yon konvokasyon sen, e yon lòt konvokasyon sen nan setyèm jou a. P ap gen travay k ap fèt nan yo, sof sa ki oblije fèt pou manje a chak moun; se sa sèl nou kapab prepare.
EXO 12:17 “Nou va osi obsève fèt Pen San Ledven an, paske nan jou sa a menm, Mwen te fè lame nou yo sòti nan peyi Égypte la. Pou sa, nou va obsève jou sa pandan jenerasyon nou yo kòm yon règleman k ap la pou tout tan.
EXO 12:18 “Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, nan aswè, nou va manje pen san ledven an, jiska vente-yen jou nan mwa a, lè l rive nan aswè.
EXO 12:19 Pandan sèt jou yo nou pa pou twouve ledven lakay nou paske nenpòt moun ki manje sa ki leve, moun sa a va vin koupe retire nèt de asanble Israël la, menm si se yon etranje, oswa yon natif peyi a.
EXO 12:20 Nou pa pou manje anyen avèk ledven. Nan tout abitasyon nou yo nou va manje pen san ledven.”
EXO 12:21 Alò, Moïse te rele tout ansyen Israël yo e te di yo: “Ale pran pou nou menm jenn mouton yo selon fanmi nou, e touye jenn mouton Pak la.
EXO 12:22 Nou va pran yon pake izòp e fonse li nan san basen an, epi mete kèk nan san basen an sou de chanbrann yo avèk travès lento pòt yo. Pèsòn pa pou ale deyò pòt kay li jis rive nan maten.
EXO 12:23 Paske SENYÈ a va travèse pou frape Ejipsyen yo; epi lè Li wè san sou travès lento pòt yo, ak sou de chanbrann pòt yo, SENYÈ a va pase sou pòt la, e Li p ap kite destriktè a antre nan kay nou pou frape nou.
EXO 12:24 “Epi nou va obsève evènman sa a kòm yon règleman pou nou menm avèk pitit nou yo pou tout tan.
EXO 12:25 Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a va bannou an, jan Li te pwomèt nou an, nou va obsève sèvis sakre sila a.
EXO 12:26 “Epi lè pitit nou di nou: ‘Kisa sa vle di selon sèvis sila a?’
EXO 12:27 Nou va di: ‘Sa se yon sakrifis Pak la pou SENYÈ a ki te pase sou kay a fis Israël yo nan Égypte lè Li t ap frape Ejipsyen yo, men te epanye lakay nou.’” Konsa, pèp la te bese ba, e te adore.
EXO 12:28 Alò, fis Israël yo te ale fè sa, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an, konsa yo te fè.
EXO 12:29 Alò li te vin rive nan minwi, SENYÈ a te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, depi premye ne a Farawon ki te chita sou twòn li an, jis rive nan premye ne nan kaptif ki te nan prizon yo, e menm tout premye ne nan bèt yo.
EXO 12:30 Farawon te leve nan nwit lan, li ak sèvitè li yo avèk tout Ejipsyen yo. Yo te gen yon gwo lamantasyon nan tout Égypte la, paske pa t gen kay kote moun pa t mouri.
EXO 12:31 Epi li te rele Moïse avèk Aaron nan nwit lan. Li te di yo: “Leve e kite pèp mwen an, ni nou menm, ni fis Israël yo. Ale adore SENYÈ a, jan nou te di a.
EXO 12:32 Pran ni bann mouton nou yo, ni twoupo nou yo, jan nou te di a, epi ale. Konsa, beni mwen tou!”
EXO 12:33 Ejipsyen yo ak ijans menm, te ankouraje pèp la pou kite peyi a byen vit, paske yo te di: “Nou tout pral mouri.”
EXO 12:34 Alò pèp la te pran pat farin ki potko leve yo, ak bòl pou petri yo byen mare nan rad yo, sou zepòl yo.
EXO 12:35 Alò, fis Israël yo te fè selon pawòl a Moïse la, paske yo te mande nan men Ejipsyen yo, bagay ki fèt an ajan, bagay ki fèt avèk lò, avèk vètman.
EXO 12:36 Konsa, SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo, jiskaske yo te sede a demann sa a. Konsa, yo te vin piyaje Ejipsyen yo.
EXO 12:37 Alò, fis Israël yo te vwayaje soti nan Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun.
EXO 12:38 Yon gran foul byen mele osi te monte avèk yo, menm avèk bann mouton ak twoupo, yon trè gran kantite bèt.
EXO 12:39 Yo te kwit pat farin ke yo te fè sòti an Égypte yo, e yo te fè gato ak pen san ledven yo. Li pa t leve, akòz ke yo te chase sòti an Égypte, e yo pa t kab pran reta, ni yo pa t prepare okenn manje pou yo menm.
EXO 12:40 Alò tan ke fis Israël yo te pase an Égypte la te kat-san-trant ane.
EXO 12:41 Nan fen kat-san-trant ane yo, jis rive nan jou a menm, tout lame SENYÈ a te sòti an Égypte.
EXO 12:42 Se yon nwit pou nou obsève pou SENYÈ a, paske li fè yo sòti nan peyi Égypte la. Nwit sa a se pou SENYÈ a, pou obsève pa tout fis Israël yo selon tout jenerasyon pa yo.
EXO 12:43 SENYÈ a te di a Moise avèk Aaron: “Sa se òdonans Pak la. Okenn etranje pa pou manje li;
EXO 12:44 men esklav a chak moun, achte avèk lajan, lè nou fin sikonsi li, alò, li kapab manje nan li.
EXO 12:45 Yon etranje ki rete pami nou, oswa yon sèvitè ki anplwaye, pa pou manje l.
EXO 12:46 “Li oblije manje nan yon sèl kay. Nou pa pou mennen okenn nan chè a andeyò kay la, ni nou pa pou kase okenn nan zo li.
EXO 12:47 Tout asanble Israël la dwe obsève fèt sa a.
EXO 12:48 “Men si yon etranje rete avèk nou, li selebre fèt Pak la bay SENYÈ a, ke tout mal gason li yo vin sikonsi, e kite li pwoche pou selebre li. Konsa, li va devni yon natif peyi a. Men okenn moun san sikonsisyon pa pou manje li.
EXO 12:49 Menm règ sa a va aplike a natif la tankou etranje ki demere pami nou yo.”
EXO 12:50 Alò, tout fis Israël yo te fè sa. Yo te fè sa jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an.
EXO 12:51 Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.
EXO 13:1 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di:
EXO 13:2 “Konsakre pou Mwen chak premye ne; premye ne pami fis Israël yo, ni lòm, ni bèt, se pou Mwen.”
EXO 13:3 Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje.
EXO 13:4 Nan jou sa a, nan mwa Abib la, nou prepare pou nou soti.
EXO 13:5 Li va fèt ke lè SENYÈ a fè nou antre nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo, Evityen yo, ak Jebizyen yo, peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou, yon peyi k ap koule avèk lèt ak myèl, pou nou kab obsève sèvis sakre sa a nan mwa sa a.
EXO 13:6 “Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, e nan setyèm jou a va fè yon gwo fèt a SENYÈ a.
EXO 13:7 “Pen san ledven an va manje pandan tout sèt jou yo; epi anyen avèk ledven p ap menm parèt pami nou. Ni nou p ap wè li pami nou nan tout fwontyè nou yo.
EXO 13:8 Ou va pale fis ou a nan jou sa, e ou va di: ‘Se akoz sa ke SENYÈ a te fè pou mwen lè m te sòti an Égypte la.’
EXO 13:9 Epi sa va sèvi kòm yon sign pou ou sou men ou, e kòm yon souvni nan fon ou, pou lalwa SENYÈ a kapab nan bouch ou; paske se te avèk yon men pwisan ke SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.
EXO 13:10 Pou sa nou va kenbe òdonans sa a nan tan ki chwazi chak ane a.
EXO 13:11 “Alò li va rive lè SENYÈ a mennen ou nan peyi pèp Kanaran yo, jan Li te sèmante bannou avèk zansèt nou yo, e bay ou li,
EXO 13:12 ou va konsakre a SENYÈ a premye ne nan tout vant, ak premye ne nan chak bèt ke ou posede. Mal yo se pou SENYÈ a ke yo ye.
EXO 13:13 Men chak premye pòtre a yon bourik, ou va bay li kòm ranson avèk yon jenn mouton. Men si ou pa bay li kòm ranson, alò, ou va kase kou li, epi chak premye ne nan lòm pami fis ou yo ou va bay li kòm ranson.
EXO 13:14 “Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la.
EXO 13:15 Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo; premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’
EXO 13:16 Alò li va sèvi kòm yon sign sou men ou e kòm yon bando bwat kwi komemoratif ki mare sou fwon tèt ou; paske avèk yon men pwisan, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.”
EXO 13:17 Alò, lè Farawon te kite pèp la ale, Bondye pa t Mennen yo pa wout peyi Filisten yo, malgre li te toupre. Paske Bondye te di: “Pèp la kab petèt chanje lide yo lè yo wè lagè, pou yo retounen an Égypte.”
EXO 13:18 Pou sa, Bondye te mennen pèp la bò wout dezè a vè lanmè wouj la; epi fis Israël yo te monte byen prepare tankou yon lame pou kite peyi Égypte la.
EXO 13:19 Moïse te pran zo Joseph yo avèk li, paske li te fè fis Israël yo sèmante solanèlman e te di: “Bondye va anverite pran swen nou, e nou va pote zo mwen yo soti isit la avèk nou.”
EXO 13:20 Alò yo te pati depi Succoth pou te vin kanpe Étham akote dezè a.
EXO 13:21 SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit.
EXO 13:22 Li pa t retire pilye nwaj la nan lajounen, ni pilye dife a nan lannwit devan pèp la.
EXO 14:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
EXO 14:2 “Di fis Israël yo pou yo vire fè bak, e fè kan devan Pi-Hahiroth antre Migdol ak lanmè a. Nou va fè kan devan Baal-Tsephon, anfas li, bò kote lanmè a.
EXO 14:3 Paske Farawon va di de fis Israël yo: ‘Y ap mache byen egare nan peyi a; dezè a gen tan fèmen yo ladann.’
EXO 14:4 Konsa Mwen va andisi kè Farawon e li va kouri dèyè yo. Epi Mwen va onore pa Farawon avèk tout lame li a, e Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a.” Se konsa yo te fè.
EXO 14:5 Lè wa Égypte la te avèti ke pèp la te sove ale, Farawon avèk sèvitè li yo te vin gen yon chanjman kè anvè pèp la. Yo te di: “Kisa sa ye nou fin fè la a, ke nou kite Israël ale pou kite sèvis nou yo?”
EXO 14:6 Alò, li te prepare cha li, e te pran pèp li a avèk li.
EXO 14:7 Epi li te pran sis-san cha byen chwazi, ansanm ak tout lòt cha an Égypte yo avèk gwo chèf sou yo tout.
EXO 14:8 SENYÈ a te andisi kè Farawon, wa Égypte la, e li te kouri dèyè fis Israël yo. Paske se ak gwo kouraj ke Israël te soti.
EXO 14:9 Konsa, Ejipsyen yo te kouri dèyè yo avèk tout cheval yo ak cha Farawon yo, chevalye li yo, avèk lame li, e yo te vin parèt sou yo kanpe bò kote lanmè a, akote Pi-Hihroth, anfas Baal-Tsephon.
EXO 14:10 Pandan Farawon t ap pwoche, fis Israël yo te gade, e vwala, Ejipsyen yo t ap mache dèyè yo. Yo te vin pè anpil, epi fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a.
EXO 14:11 Alò yo te di a Moïse: “Èske se paske pa gen tonm an Égypte ke ou mennen nou pati pou mouri nan dezè a? Poukisa ou te aji avèk nou konsa, pou fè nou sòti an Égypte?
EXO 14:12 Èske se pa pawòl ke nou te pale ou an Égypte la lè nou te di: ‘Pa deranje nou pou nou ka sèvi Ejipsyen yo?’ Paske li t ap pi bon pou nou pou sèvi Ejipsyen yo pase pou nou ta mouri nan dezè a.”
EXO 14:13 Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a. Paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè.
EXO 14:14 SENYÈ a va goumen pou nou pandan nou rete an silans.”
EXO 14:15 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Poukisa w ap kriye ban Mwen konsa? Di pèp la avanse.
EXO 14:16 Epi pou ou menm, leve baton ou an anlè. Lonje men ou sou lanmè a pou fann li. Konsa, fis Israël yo va pase nan mitan lanmè a sou tè sèch.
EXO 14:17 Pou Mwen, gade byen, Mwen va fè kè Ejipsyen yo di pou yo kouri antre dèyè yo. Konsa, Mwen va jwenn onè sou Farawon an avèk tout lame li ak cha li yo avèk kavalye li yo.
EXO 14:18 Alò, Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen vin onore pa Farawon, pa cha li yo, ak kavalye li yo.”
EXO 14:19 Zanj Bondye a ki t ap prale devan kan Israël la te vin deplase e te kanpe dèyè yo; epi pilye nwaj la te deplase kite devan yo, pou te kanpe dèyè yo.
EXO 14:20 Alò li te vin divize kan Égypte la ak kan Israël la. Te gen nwaj la ansanm avèk tenèb la, men li te bay limyè nan nwit lan. Konsa youn pa t pwoche lòt pandan tout nwit lan.
EXO 14:21 Alò Moïse te lonje men l sou lanmè a; epi SENYÈ a te bale lanmè a pa yon van lès byen fò tout lannwit. Li te fè lanmè a vin tounen tè sèch, e dlo a te vin fann.
EXO 14:22 Fis Israël yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch, e dlo a te vin tankou yon miray pou yo sou men dwat yo ak sou men goch yo.
EXO 14:23 Alò, Ejipsyen yo te vin kouri dèyè yo, e tout cheval Farawon, avèk cha li yo, avèk kavalye li yo te antre kouri dèyè yo nan mitan lanmè a.
EXO 14:24 A la vèy nan maten, SENYÈ a te gade anba sou lame Ejipsyen yo, sou pilye a dife avèk nwaj yo, e Li te mennen lame Ejipsyen an nan yon gwo konfizyon.
EXO 14:25 Li te retire wou cha yo, e yo te mal a kondwi. Konsa, Ejipsyen yo te di: “Annou sove ale kite Israël, paske SENYÈ a ap goumen pou yo kont Ejipsyen yo.”
EXO 14:26 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou sou lanmè a pou dlo a kab retounen vin sou Ejipsyen yo, sou cha yo, ak sou kavalye yo.”
EXO 14:27 Alò, Moise te lonje men li sou lanmè a, e lanmè a te retounen nan eta nòmal li nan granmmaten, pandan Ejipsyen yo t ap sove ale tou kont li. Konsa, SENYÈ a te boulvèse Ejipsyen yo nan mitan lanmè a.
EXO 14:28 Dlo a te retounen e te kouvri cha yo avèk kavalye yo, e menm tout lame Farawon ki te antre nan lanmè a dèyè yo. Pa t menm gen youn nan yo ki te rete.
EXO 14:29 Men fis Israël yo te mache sou tè sèch pase nan mitan lanmè a, e dlo a te vin tankou yon mi pou yo ni sou men dwat yo ni sou men goch yo.
EXO 14:30 Konsa, SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a nan men a Ejipsyen yo, e Israël te wè Ejipsyen yo ki te mouri sou bò lanmè a.
EXO 14:31 Lè Israël te wè gran pwisans ke SENYÈ a te sèvi kont Ejipsyen yo, tout Pèp la te krent SENYÈ a, e yo te kwè nan SENYÈ a ak sèvitè li a, Moïse.
EXO 15:1 Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di: “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonan. Cheval la avèk moun ki monte l la, Li te voye yo nan lanmè.
EXO 15:2 “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen. Sa se Bondye pa m, e mwen va louwe Li; Bondye a papa m nan, e mwen va leve Li wo.
EXO 15:3 SENYÈ a se yon gèrye; Se SENYÈ yo rele L.
EXO 15:4 Cha Farawon yo avèk lame l lan, Li te voye yo nan lanmè. Pi bon pami chèf li yo te plonje mouri nan Lanmè Wouj.
EXO 15:5 Fon yo kouvri yo. Yo plonje ba nan fon yo tankou wòch.
EXO 15:6 Men dwat Ou, SENYÈ, ranpli ak majeste avèk pwisans. Men dwat Ou, O SENYÈ, vin dechire lènmi an nèt.
EXO 15:7 Ak tout grandè Ou, Ou te ranvoye tout sa yo ki leve kont Ou. Ou te voye lakolè ou deyò. Li te brile yo nèt kon pay.
EXO 15:8 Avèk gwo souf ki sòti nan nen ou kouran dlo yo vin kanpe fè gwo pil. Dlo k ap koule a te vin kanpe tankou yon miray. Fon yo te vin koule nan kè lanmè a.
EXO 15:9 Lènmi an te di: “Mwen va pouswiv yo; mwen va pran yo. Mwen va divize richès yo. Volonte m kont yo va satisfè. Mwen va rale nepe mwen. Se men m k ap detwi yo.”
EXO 15:10 Ou te soufle avèk van Ou. Lanmè a te vin kouvri yo. Yo te plonje tankou plon nan dlo pwisan yo
EXO 15:11 Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?
EXO 15:12 Ou te lonje men dwat Ou; Lanmè a te vale yo.
EXO 15:13 Nan lanmou ak mizerikòd Ou, Ou te mennen pèp ke Ou te ransone a. Nan pwisans Ou an, Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.
EXO 15:14 Lòt nasyon pèp yo te tande. Y ap tranble. Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.
EXO 15:15 Epi chèf Édom yo vin sezi. Gèrye nan Moab yo pran tranble. Tout abitan Canaan yo te fonn e vin disparèt.
EXO 15:16 Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo. Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch; jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ, Jis lè pèp ke Ou te ransone a vin janbe.
EXO 15:17 Ou va mennen yo antre, e plante yo nan gwo mòn eritaj pa Ou a, plas la, O SENYÈ, ke Ou te fè tankou abitasyon pa Ou a, lye sen an, O SENYÈ, ke men Ou te etabli a.
EXO 15:18 SENYÈ a va renye pou tout tan, e pou tout tan.”
EXO 15:19 Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan tè sèch nan mitan lanmè a.
EXO 15:20 Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse.
EXO 15:21 Marie te reponn yo: “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo. Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”
EXO 15:22 Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan dezè Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo.
EXO 15:23 Lè yo rive nan Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara.
EXO 15:24 Alò, pèp la te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”
EXO 15:25 Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous. La menm, Li te fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo pase a leprèv.
EXO 15:26 Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”
EXO 15:27 Alò, yo te rive nan Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.
EXO 16:1 Alò, yo te kite Élim, e tout asanble fis Israël yo te vini nan dezè Sin, ki te antre Élim ak Sinai an. Sa te fèt nan kenzyèm jou dezyèm mwa apre depa yo nan peyi Égypte la.
EXO 16:2 Konsa, tout asanble fis Israël yo te plenyen kont Moïse avèk Aaron nan dezè a.
EXO 16:3 Fis Israël yo te di yo: “Pito ke nou te mouri pa men SENYÈ a nan peyi Égypte la pandan nou t ap chita akote chodyè vyann yo, pandan nou t ap manje pen jis nou vin plen. Men ou mennen nou deyò nan dezè sila a pou touye tout asanble a avèk grangou.”
EXO 16:4 Alò, SENYÈ a te di Moïse: “Gade byen, Mwen va vide pen sòti nan syèl la tankou lapli pou nou. Epi pèp la va sòti chak jou pou ranmase sa ki kont pou jounen an, pou Mwen kapab fè yo pase a leprèv; pou M wè si yo va mache nan enstriksyon Mwen yo.
EXO 16:5 Nan sizyèm jou a, lè yo prepare sa ke yo fè antre, li va doub sa ke yo konn pran pa jou yo.”
EXO 16:6 Alò, Moïse avèk Aaron te di a tout fis Israël yo: “Nan aswè nou va rekonèt ke SENYÈ a te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.
EXO 16:7 Nan maten, nou va wè glwa SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo kont SENYÈ a. Epi kisa nou ye pou nou ta plenyen kont nou?”
EXO 16:8 Moïse te di: “Sa va vin rive lè SENYÈ a bannou vyann pou nou manje nan aswè, ak pen jiskaske nou vin satisfè nan maten. Paske SENYÈ a tande plent ke nou fè kont Li. Epi kisa nou ye? Plent nou yo pa kont nou, men kont SENYÈ a.”
EXO 16:9 Alò Moïse te di a Aaron: “Pale a tout asanble fis Israël yo, ‘Rapwoche nou devan SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo.’”
EXO 16:10 Li te vin rive ke pandan Aaron t ap pale a tout asanble a fis Israël yo, ke yo te gade vè dezè a, e vwala, glwa SENYÈ a te parèt nan nwaj la.
EXO 16:11 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di:
EXO 16:12 “Mwen tande plent a fis Israël yo. Pale ak yo pou di: ‘Nan aswè avan li fènwa, nou va manje vyann, e nan maten, nou va vin plen avèk pen. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
EXO 16:13 Alò, li vin rive nan aswè ke zwazo kay yo te monte. Yo te kouvri tout kan an. Nan maten an te gen yon kouch lawouze ki te antoure kan an.
EXO 16:14 Lè kouch lawouze a te disparèt, gade, sou sifas dezè a, te gen yon bagay ki te sanble yon ti kal byen fen, ki sanble frechè lawouze sou tè a.
EXO 16:15 Lè fis Israël yo te wè li, yo te di a youn lòt: “Kisa li te ye?” Paske yo pa t konnen kisa sa li te ye. Epi Moïse te di yo: “Sa se pen ke SENYÈ a bannou pou nou manje.
EXO 16:16 Men sa ke SENYÈ a kòmande: ‘Chak moun ranmase ladann selon sa ke li va manje. Nou va pran yon omè pou chak, selon kantite moun chak nan nou genyen nan tant li.’”
EXO 16:17 Fis Israël yo te fè sa, kèk te pran plis, e kèk te pran mwens.
EXO 16:18 Lè yo te mezire li avèk yon omè, sa ki te pran anpil yo pa t gen twòp, ni sa ki te pran piti yo pa t manke. Chak moun te ranmase sa ke li te dwe manje.
EXO 16:19 Moïse te di yo: “Pa kite pèsòn konsève anyen ladann pou rive demen.”
EXO 16:20 Men yo pa t koute Moïse. Kèk nan yo te kite yon pati pou maten. Konsa, li te kale vè, e te vin rans. Moïse te fache avèk yo.
EXO 16:21 Yo te ranmase li chak jou, chak moun selon sa li ta dwe manje. Men lè solèy la te vin cho, li te vin fann.
EXO 16:22 Alò nan sizyèm jou a, yo te pran doub fòs pen, de omè pou chak moun. Tout dirijan asanble yo te fè rapò sa, bay Moïse.
EXO 16:23 Alo, konsa li te reponn yo: “Men sa ke SENYÈ a vle: ‘Demen se yon jou Saba, yon Saba sen a SENYÈ a. Kwit sa ke nou va kwit, bouyi sa ke nou va bouyi, e tout sa ki rete, mete l akote pou konsève jis rive nan maten.’”
EXO 16:24 Alò, yo te mete li akote jis rive nan maten, jan Moïse te kòmande a, e li pa t vin kanni, ni li pa t gen okenn vè ladann.
EXO 16:25 Moïse te di: “Manje li jodi a, paske jodi a se yon Saba a SENYÈ a. Jodi a nou p ap twouve li nan chan an.
EXO 16:26 Sis jou nou va pran li, men nan setyèm jou a, jou Saba a, p ap genyen okenn.”
EXO 16:27 Li te rive nan setyèm jou a, ke kèk nan moun yo te ale pran, men yo pa t twouve menm.
EXO 16:28 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan nou va refize kenbe kòmandman Mwen yo, ak enstriksyon Mwen yo?
EXO 16:29 Gade, SENYÈ a te bannou Saba a. Pou sa, Li bannou pen pou de jou nan sizyèm jou a. Kite chak moun rete nan plas li. Pa kite pèsòn sòti nan plas li nan setyèm jou a.”
EXO 16:30 Pou sa, pèp Israël la te poze nan setyèm jou a.
EXO 16:31 Lakay Israël te nonmen li lamàn. Li te tankou grenn koryandè, blan avèk yon gou tankou gato avèk siwo myèl.
EXO 16:32 Alò, Moïse te di: “Men Sa ke SENYÈ a te kòmande, ‘Kite yon omè ladann pami tout jenerasyon yo pou yo kapab wè pen ke Mwen te bannou nan dezè a, lè Mwen te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.’”
EXO 16:33 Moïse te di a Aaron: “Pran yon bokal, mete yon omè plen lamàn ladann, epi plase li devan SENYÈ a pou kenbe li pandan tout jenerasyon nou yo.”
EXO 16:34 Jan SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa Aaron te plase li devan temwen an, pou l konsève.
EXO 16:35 Fis Israël yo te manje lamàn pandan karant ane, jis lè yo te rive nan yon peyi ki te peple deja. Yo te manje lamàn jis yo rive nan fwontyè peyi Canaan an.
EXO 16:36 Alò, yon Omè se yon dizyèm pati a yon efa.
EXO 17:1 Alò, tout asanble a fis Israël yo te vwayaje pazapa vè dezè Sin nan. Selon kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan nan Rephidim, men pa t gen dlo pou moun yo bwè.
EXO 17:2 Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.” Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”
EXO 17:3 Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak bèt nou yo avèk swaf.”
EXO 17:4 Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.”
EXO 17:5 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pase devan pèp la, e pran avè w kèk nan ansyen Israël yo. Epi pran nan men ou baton ou avèk sila ou te frape Nil lan, e ale. Ou va frape wòch la, e dlo va sòti ladann, pou pèp la kapab bwè.”
EXO 17:6 Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo.
EXO 17:7 Li te nonmen kote a Massa ak Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a leprèv lè yo te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?”
EXO 17:8 Alò, Amalèk te vin goumen kont Israël nan Rephidim.
EXO 17:9 Konsa, Moïse te di a Josué: “Chwazi mesye yo pou nou, e sòti pou batay kont Amalèk. Demen mwen va vin estasyone Mwen menm nan do kolin nan avèk baton a Bondye a nan men m.”
EXO 17:10 Josué te fè jan Moïse te mande li fè a, e li te goumen kont Amalèk. Epi Moïse, Aaron, avèk Hur te monte anwo tèt do kolin nan.
EXO 17:11 Konsa, li te vin rive ke lè Moïse te leve men l, pèp Israël la te vin genyen, men lè li te kite men l desann, Amalèk te vin genyen.
EXO 17:12 Men men Moïse te vin lou. Pou sa a, yo te pran yon wòch, yo te mete li anba li, e li te chita sou li. Aaron avèk Hur te bay men li soutyen, youn sou yon bò, e lòt la sou lòt bò a. Konsa men li te rete dyanm jis rive lè solèy la te vin kouche.
EXO 17:13 Epi Josué te bat Amalèk avèk pèp li a avèk lam nepe.
EXO 17:14 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ekri sa a nan yon liv pou gen kòm souvni, e repete li a Josué, ke Mwen va konplètman efase memwa Amalèk soti anba syèl la.”
EXO 17:15 Moïse te bati yon lotèl e te nonmen li: “SENYÈ a Se Drapo mwen.”
EXO 17:16 Li te di: “SENYÈ a te sèmante: SENYÈ a va fè lagè kont Amalèk de jenerasyon an jenerasyon.”
EXO 18:1 Alò Jéthro, prèt Madian an, bòpè Moïse la, te tande tout sa ke Bondye te fè pou Moïse, ak pou Israël, pèp li a. Jan SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte.
EXO 18:2 Jéthro, bòpè Moïse la, te pran Séphora, madanm a Moïse la apre li te fin voye li ale,
EXO 18:3 ansanm avèk de fis li yo. Youn nan yo te nonmen Guerschom, paske Moïse te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”
EXO 18:4 Lòt la te nonmen Eliézer, paske li te di: “Bondye a papa m nan te èd mwen, e Li te delivre m anba nepe Farawon.”
EXO 18:5 Alò, Jéthro, bòpè Moïse la te vini avèk fis li yo ak madanm li vè Moïse nan dezè kote li te fè kan an, akote mòn Bondye a.
EXO 18:6 Li te voye di Moïse: “Mwen menm, bòpè ou Jéthro, ap vin kote ou avèk madanm ou, ak de fis li yo avè l.”
EXO 18:7 Alò, Moïse te sòti pou rankontre bòpè li. Li te bese ba e li te bo li, epi yo chak te mande lòt kijan yo te ye, epi yo te antre nan tant lan.
EXO 18:8 Moïse te pale bòpè li de tout sa ke SENYÈ a te fè Farawon an, ak Ejipsyen yo pou koz Israël, tout traka ki te vini sou yo nan vwayaj la, ak jan SENYÈ a te delivre yo.
EXO 18:9 Jéthro te rejwi de tout bonte ke SENYÈ a te fè anvè Israël, lè l te delivre yo nan men Ejipsyen yo.
EXO 18:10 Konsa, Jéthro te di: “Beni se SENYÈ a ki te delivre ou nan men Ejipsyen yo, ak nan men Farawon, e ki te delivre pèp la anba men Ejipsyen yo.
EXO 18:11 Koulye a mwen konnen ke SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.”
EXO 18:12 Epi Jéthro, bòpè Moïse la te fè yon ofrann brile avèk sakrifis pou Bondye. Aaron te vini avèk tout ansyen Israël yo pou manje yon repa avèk bòpè Moïse la devan Bondye.
EXO 18:13 Li te vin rive nan pwochen jou a ke Moïse te chita pou jije pèp la, e pèp la te kanpe antoure Moïse soti nan maten pou rive jis aswè.
EXO 18:14 Alò, lè bòpè Moïse la te wè tout sa ke li te fè pou pèp la, li te di: “Kisa ke w ap fè pou pèp la konsa la a? Poukisa ou chita ou sèl ou tankou jij, e tout pèp la kanpe antoure ou soti nan maten, rive jis aswè?”
EXO 18:15 Moïse te di bòpè li: “Akoz pèp la vin kote mwen pou fè demann pou jijman Bondye.
EXO 18:16 Depi yo gen kont yo vin kote mwen, mwen jije antre yon nonm avèk vwazen li e mwen fè konnen règleman Bondye avèk lalwa Li yo.”
EXO 18:17 Bòpè Moïse la te di li: “Sa ke w ap fè a pa bon.
EXO 18:18 Ou va anverite vin epwize ou nèt, ni ou menm, ni pèp ki avè w la, paske tach la twò lou pou ou. Ou p ap kapab fè l pou kont ou.
EXO 18:19 “Koulye a, koute mwen. M ap ba ou konsèy, e ke Bondye kapab avè w. Ou va reprezante pèp la devan Bondye, e ou va mennen dispit yo devan Bondye.
EXO 18:20 Epi enstwi yo nan règleman avèk lalwa yo, e fè yo konnen nan chemen ke yo dwe mache a, ak travay ke yo dwe fè a.
EXO 18:21 “Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, mesye ki kapab yo ki gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis.
EXO 18:22 Kite yo jije pèp la nan tout lè. Konsa, kite sa fèt ke chak gwo ka va vini devan ou, men chak ti ka, yo menm yo va jije yo. “Konsa li va pi fasil pou ou, e yo va pote chaj la avèk ou.
EXO 18:23 Si ou fè bagay sa a jan Bondye kòmande ou a, alò, ou va gen kouraj pou andire, e anplis, tout moun sa yo va ale lakay yo anpè.”
EXO 18:24 Alò Moïse te koute bòpè li, e li te fè tout sa ke li te di yo.
EXO 18:25 Moïse te chwazi mesye avèk kapasite pami tout Israël, e li te fè yo chèf sou pèp la, chèf sou dè milye, chèf sou dè santèn, chèf sou dè senkantèn, e sou dè dizèn.
EXO 18:26 Yo te jije pèp la nan tout tan. Ka ki difisil yo te mennen kote Moïse, e chak ti ka, yo te jije yo pou kont yo.
EXO 18:27 Konsa, Moïse te di bòpè li orevwa, e li te fè wout li pou ale nan peyi li.
EXO 19:1 Nan twazyèm mwa apre fis Israël yo te soti nan peyi Égypte la, nan jou sa a menm, yo te vin antre nan dezè Sinaï a.
EXO 19:2 Lè yo te pati soti Rephidim, yo te vini nan dezè Sinaï a. Yo te fè kan nan dezè a. Se la Israël te fè kan devan mòn lan.
EXO 19:3 Moïse te monte vè Bondye. SENYÈ a te rele li soti nan mòn nan. Li te di: “Konsa ou va pale ak lakay Jacob la pou di fis Israël yo:
EXO 19:4 ‘Nou menm, nou te wè sa ke Mwen te fè Ejipsyen yo, jan Mwen te pote nou sou zèl èg yo, e te mennen nou kote Mwen menm.
EXO 19:5 Alò, koulye a, si nou obeyi vwa Mwen, e kenbe akò Mwen, alò nou va pwòp posesyon pa M pami tout pèp yo. Paske tout latè se pou Mwen.
EXO 19:6 Konsa, nou va pou Mwen, yon wayòm prèt yo, e yon nasyon ki sen.’ Sa yo se pawòl ke ou va pale a fis Israël yo.”
EXO 19:7 Se konsa Moïse te vini, e te rele ansyen pami pèp yo. Konsa, li te plase devan yo tout pawòl sa yo ke SENYÈ a te kòmande li.
EXO 19:8 Tout pèp la te reponn ansanm. Yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a te pale yo, nou va fè yo!” Epi Moïse te mennen retounen tout pawòl a pèp yo devan SENYÈ a.
EXO 19:9 SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, Mwen va vini kote ou nan yon nwaj byen fonse, pou pèp la kapab tande lè M pale avèk ou, e pou yo kapab kwè nan ou pou tout tan.” Alò, Moïse te di SENYÈ a pawòl a pèp la.
EXO 19:10 SENYÈ a anplis te di a Moïse: “Ale vè pèp la, konsakre yo jodi a avèk demen, e kite yo lave vètman yo;
EXO 19:11 epi kite yo fin prepare pou twazyèm jou a, paske nan twazyèm jou a SENYÈ a va vin desann sou Mòn Sinaï a nan zye a tout pèp la.
EXO 19:12 “Ou va fè bòn limit pou moun toutotou yo. Ou va di yo: ‘Gade byen pou nou pa monte sou mòn nan, ni touche rebò li. Nenpòt moun ki touche mòn nan va anverite mete a lanmò.
EXO 19:13 Nanpwen men k ap mete sou moun sa a, men li va anverite lapide oswa frennen nèt; menm si se moun oswa bèt, li p ap viv.’ Lè twonpèt kòn lan fè yon gwo son, yo va monte vè mòn nan.”
EXO 19:14 Epi Moïse te desann mòn nan vè pèp la. Li te konsakre pèp la, e yo te lave vètman yo.
EXO 19:15 Li te di a pèp la: “Mete ou prè pou twazyèm jou a; pa pwoche pre fanm.”
EXO 19:16 Konsa, li te rive nan twazyèm jou a, lè li te vin maten, te genyen gwo tonnè avèk kout loray avèk yon nwaj byen fonse sou mòn nan, ak yon son twonpèt byen fò, jiskaske tout moun ki te nan kan an te tranble.
EXO 19:17 Epi Moïse te mennen pèp la sòti nan kan an pou rankontre Bondye. Yo te kanpe nan pye mòn nan.
EXO 19:18 Alò, Mòn Sinai te nan lafimen nèt akoz SENYÈ a te desann sou li nan dife. Lafimen li te monte tankou lafimen yon founo, e tout mòn nan te tranble avèk vyolans.
EXO 19:19 Lè son twonpèt la te vin pi fò, e pi fò toujou, Moïse te pale, e Bondye te reponn avèk tonnè.
EXO 19:20 SENYÈ a te vin desann sou Mòn Sinai, sou tèt mòn nan. Senyè a te rele Moïse anwo tèt mòn nan, epi Moïse te monte.
EXO 19:21 SENYÈ a te pale ak Moïse: “Ale desann avèti pèp la pou yo pa pase antre vè SENYÈ a pou wè; konsa, pou anpil nan yo ta vin mouri.
EXO 19:22 Osi, ke prèt ki pwoche toupre SENYÈ yo konsakre yo menm, oswa SENYÈ a va eklate kont yo.”
EXO 19:23 Moïse te di a SENYÈ a: “Pèp la pa kapab monte sou Mòn Sinai a, paske Ou te avèti nou, e te di: ‘Mete limit bòn yo antoure mòn nan, e konsakre li.’”
EXO 19:24 Alò, SENYÈ a te di li: “Ale desann e monte ankò, ou menm e Aaron avèk ou. Men pa kite prèt yo, ni pèp la pase antre pou monte vè SENYÈ a, oswa L ap eklate sou yo.”
EXO 19:25 Konsa, Moïse te desann vè pèp la e te pale yo.
EXO 20:1 Bondye te pale tout pawòl sa yo e te di:
EXO 20:2 “Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.
EXO 20:3 “Ou pa pou gen lòt dye devan M.
EXO 20:4 “Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.
EXO 20:5 “Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,
EXO 20:6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
EXO 20:7 “Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.”
EXO 20:8 Sonje jou Saba a pou kenbe l sen.
EXO 20:9 Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo,
EXO 20:10 men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladan l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.
EXO 20:11 Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen.
EXO 20:12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
EXO 20:13 Ou pa pou touye moun.
EXO 20:14 Ou pa pou fè adiltè.
EXO 20:15 Ou pa pou vòlè.
EXO 20:16 Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.
EXO 20:17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.
EXO 20:18 Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans.
EXO 20:19 Konsa, yo te di Moïse: “Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri.”
EXO 20:20 Moïse te di a pèp la: “Pa pè, paske Bondye vini pou pase nou a leprèv, e pou lakrent Li kapab rete avèk nou, pou nou pa peche.”
EXO 20:21 Alò, pèp la te kanpe a yon distans, pandan Moïse te pwoche gwo nwaj la kote Bondye.
EXO 20:22 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Konsa ou va pale avèk fis Israël yo: ‘Nou menm, nou gen tan wè ke Mwen te pale avèk nou depi nan syèl la.
EXO 20:23 Nou pa pou fè lòt dye apati de Mwen menm; dye an ajan, ni dye an lò, nou pa pou fè yo pou nou menm.
EXO 20:24 “‘Nou va fè yon lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo. Nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou.
EXO 20:25 “‘Si nou fè yon lotèl avèk wòch pou mwen, nou pa pou fè l avèk wòch taye, paske si ou itilize zouti ou sou li, li vin pa sen ankò.
EXO 20:26 Epi nou pa pou monte nan eskalye vè lotèl Mwen, pou nidite nou pa parèt a li.’”
EXO 21:1 Alò, sa yo se règleman ke ou va mete devan yo:
EXO 21:2 Si ou achte yon esklav Ebre, li va sèvi pou sizan, men nan setyèm ane a li va sòti tankou yon moun lib san peye frè.
EXO 21:3 Si li antre li sèl li, li va sòti sèl. Si se mari a yon madanm, alò, madanm nan va sòti avè l.
EXO 21:4 Si mèt li bay li yon madanm, e li fè fis oswa fi pou li, madanm nan avèk pitit li yo va rete pou mèt li, e li va sòti sèl.
EXO 21:5 Men si esklav la di byen klè: “Mwen renmen mèt mwen, madanm mwen, ak pitit mwen yo; mwen p ap sòti tankou moun lib,”
EXO 21:6 alò, mèt li va mennen li devan Bondye, e apre li va mennen li vè pòt la, oswa chanbrann pòt la. Epi konsa, mèt li va pèse zòrèy li avèk yon pwenson, e li va sèvi li nèt jis pou tout tan.
EXO 21:7 Si yon mesye vann fi li kòm yon esklav femèl, li pa pou lage tankou yo konn fè ak esklav mal.
EXO 21:8 Si li vin degoutan nan zye mèt li ki te anvizaje li pou li menm, alò, li va kite li ransone. Li pa gen otorite pou vann li a yon pèp etranje, akoz sa li fè pa jis.
EXO 21:9 Si li ta dezinye l pou marye ak fis li, li va trete li selon koutim pwòp fi li yo.
EXO 21:10 Si li ta vin pran pou li menm yon lòt fanm, li pa ka redwi manje li, vètman li, ni dwa konjigal li.
EXO 21:11 Si li p ap fè twa bagay sa yo pou li, alò li menm fi a va kite li gratis san peye lajan.
EXO 21:12 Sila ki frape yon mesye pou li mouri va vrèman mete a lanmò.
EXO 21:13 Men si sa pa t rive pa eksprè nan anbiskad, men Bondye kite sa rive, alò, Mwen va chwazi yon kote pou li kapab sove ale.
EXO 21:14 Si, alò, yon mesye aji avèk mechanste kont vwazen li, pou l kab touye li nan koken, ou va pran li menm si se sou lotèl la, pou li kapab mouri.
EXO 21:15 Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
EXO 21:16 Sila ki kidnape yon nonm, oswa ke li vann li, oswa yo twouve li nan posesyon li, li va vrèman mete a lanmò.
EXO 21:17 Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
EXO 21:18 Si de mesye gen yon kont e youn frape lòt la avèk yon wòch, oswa avèk pwen li, e li pa mouri, men l pa ka leve sou kabann li,
EXO 21:19 si li ta leve mache deyò, malgre asistans baton li, alò, sila ki te frape li a va rete san pinisyon. Li va peye sèlman pou tan ke li pèdi a, e li va kontinye okipe li jis lè li fin geri nèt.
EXO 21:20 Si yon mesye frape esklav li, kit mal kit femèl, avèk yon baton, epi li vin mouri nan men l, li va pini.
EXO 21:21 Malgre sa, si li leve apre youn oswa de jou, li p ap pini, pwiske sèvitè a se pwòp byen li ke li ye.
EXO 21:22 Si de mesye vin lite youn avèk lòt, yo frape yon fanm ansent e li vin akouche avan lè, men pa gen lòt pwoblèm, li va peye yon amann jan mari a fanm nan kapab mande li, e li va peye li selon desizyon jij yo.
EXO 21:23 Men si gen plis mal ki fèt, alò, ou va òdone kòm yon penalite vi pou vi,
EXO 21:24 zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye,
EXO 21:25 brile pou brile, blese pou blese, brize pou brize.
EXO 21:26 Si yon mesye frape zye esklav li, kit mal, kit femèl, e li pèdi zye a, li va bay li libète akoz pèt zye a.
EXO 21:27 Si li kraze fè pèt a yon dan esklav li, kit mal, kit femèl, li va ba li libète akoz dan an.
EXO 21:28 Si yon bèf frennen yon mesye oswa yon fanm avèk kòn li, pou l mouri, bèf la va vrèman lapide jiskaske li mouri, e chè li p ap manje; men mèt bèf la p ap pini.
EXO 21:29 Men si yon bèf te deja gen abitid frennen moun e mèt li te avèti deja, men li pa t okipe sa, e li vin touye yon mesye oswa yon fanm, bèf la va lapide, e mèt li anplis va mete a lanmò.
EXO 21:30 Si yon amann ranson vin enpoze pou konsève lavi l, nenpòt sa yo mande, li va peye l,
EXO 21:31 Si se yon fis oswa si se yon fi ke li frennen, l ap fèt menm jan selon menm règ la.
EXO 21:32 Si bèf la frennen yon mal oswa yon femèl esklav, mèt la va bay mèt li trant sik lajan, e bèf la va lapide.
EXO 21:33 Si yon mesye ouvri yon fòs, oswa fouye yon fòs e li pa kouvri li, yon bèf, oswa yon bourik tonbe ladann,
EXO 21:34 mèt fòs la va bay rekonpans. Li va bay lajan a mèt li, e bèt mouri an va vin pou li.
EXO 21:35 Si bèf a yon mesye vin donmaje bèf a yon lòt, e li mouri, alò yo va vann bèf vivan an e divize pri li mwatye pou yo chak; epi osi yo va divize bèt mouri an.
EXO 21:36 Men, si li te deja rekonèt ke bèf la te gen abitid frennen, men mèt li pa t okipe sa, li va vrèman peye bèt pou bèt, e bèt mouri an va vin pou li.
EXO 22:1 Si yon nonm ta vòlè yon bèf oswa yon mouton epi kòche li oswa vann li, li va peye senk bèf pou bèf la, e kat mouton pou mouton an.
EXO 22:2 Si vòlè a vin kenbe pandan l ap fonse antre, e bat jis li vin mouri, p ap gen koupabilite pou san li sou kont mèt kay la.
EXO 22:3 Men si solèy la gen tan leve sou li, va genyen koupabilite san sou li. Li va anverite peye dedonmajman an. Si li pa posede anyen, alò, y ap vann li pou vòl sa a.
EXO 22:4 Si sa li te vòlè a twouve nan posesyon li, menm si se yon bourik, oswa yon mouton, li va peye li doub.
EXO 22:5 Si yon mesye kite bèt li yo manje nan yon chan, oswa yon jaden jiskaske jaden an fini nèt, e kite bèt li lage pou li manje nan chan a yon lòt moun, li va peye dedonmajman an soti nan pi bon pati tè li, ak meyè pati chan rezen li an.
EXO 22:6 Si yon dife vin parèt, e kouri jwenn bwa pikan yo, jis rive sereyal k ap rasanble nan chan an, oswa sereyal chan an li menm pran dife, sila ki te limen dife a va anverite peye.
EXO 22:7 Si yon mesye bay vwazen li lajan oswa byen li pou kenbe pou li, e li vòlè soti lakay mesye a, depi vòlè a kenbe, li va peye doub.
EXO 22:8 Si yo pa jwenn vòlè a, alò, mèt kay la va parèt devan jij yo pou konstate si li te mete men li sou byen vwazen li an.
EXO 22:9 Pou chak vyòl konfyans, kèlkeswa ke se pou bèf, pou bourik, pou mouton, pou rad, oswa pou nenpòt bagay ki pèdi, si yon moun kapab di: “Sila se pa m nan!”, yo toude va vini devan jij yo. Konsa, sila ke jij yo kondane a va peye doub a vwazen li an.
EXO 22:10 Si yon mesye bay vwazen li yon bourik, yon bèf, yon mouton, oswa nenpòt bèt pou kenbe pou li, epi li vin mouri, oswa blese, oswa pouse ale lè moun pa wè,
EXO 22:11 yon sèman devan SENYÈ a va fèt pa yo dèske li pa t mete men l sou byen a vwazen li. Konsa, mèt li va aksepte li, e li p ap oblije fè peye dedonmajman.
EXO 22:12 Men si li te vrèman vòlè li, li va peye dedonmajman a mèt li.
EXO 22:13 Si li chire an mòso, kite sa mennen kòm evidans. Li p ap peye dedonmajman pou sa ki chire an mòso a.
EXO 22:14 Si yon mesye prete yon bagay nan men vwazen li, e sa vin donmaje oswa mouri pandan mèt li pa la, li va peye tout rekonpans.
EXO 22:15 Si mèt li la avè l, li p ap peye rekonpans. Si se lwaye, sa te vini ak frè lwaye li.
EXO 22:16 Si yon mesye sedwi yon vyèj ki poko fiyanse, e li vin kouche avèk li, li dwe peye li yon frè fiyanse pou l ka vin madanm li.
EXO 22:17 Si papa li refize nèt pou ba li fi li, li va peye lajan ki menm fòs avèk frè fiyanse a pou vyèj yo.
EXO 22:18 Ou pa pou kite yon majisyen viv.
EXO 22:19 Nenpòt moun ki kouche avèk yon bèt, va asireman mete a lanmò.
EXO 22:20 Sila ki fè sakrifis a nenpòt dye, sof ke SENYÈ a sèl, va detwi nèt.
EXO 22:21 Ou pa pou fè mal a yon etranje, ni oprime li, paske se te etranje nou te ye nan peyi Égypte la.
EXO 22:22 Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen.
EXO 22:23 Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, Mwen va anverite tande kri li;
EXO 22:24 epi kòlè Mwen va vin ogmante. Mwen va touye ou avèk nepe, e madanm ou yo va vin vèv, e pitit ou yo va vin san papa.
EXO 22:25 Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè enterè.
EXO 22:26 Si ou janmen pran manto vwazen ou kòm garanti, fòk ou remèt li li avan solèy la kouche,
EXO 22:27 paske se sa sèl ki kouvri li. Se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske Mwen ranpli avèk mizerikòd.
EXO 22:28 Ou pa pou modi Bondye, ni modi yon chèf pèp ou.
EXO 22:29 Ou pa pou fè reta avèk ofrann ki sòti nan rekòlt la avèk diven an. Premye ne nan fis ou yo, ou va ban Mwen l.
EXO 22:30 Ou va fè menm bagay la avèk bèf ou yo, ak mouton ou yo. Li va rete avèk manman l pandan sèt jou, e nan uityèm jou a ou va ban Mwen li.
EXO 22:31 Nou va dèzòm ki sen pou Mwen; konsa, nou p ap manje okenn chè ki chire an mòso nan chan. Nou va jete li bay chen.
EXO 23:1 Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.
EXO 23:2 Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab fè lajistis vin konwonpi.
EXO 23:3 Ni ou p ap apiye vè yon malere pou bay li avantaj nan pwosè a.
EXO 23:4 Si ou rankontre bèf, oswa bourik a lènmi ou k ap pati, anverite, ou va remèt li bay mèt li.
EXO 23:5 Si ou wè bourik a yon moun ki rayi ou, k ap kouche anba gwo chaj, ou p ap abandone li nan pwoblèm nan, men ou va ede l dechaje li.
EXO 23:6 Ou pa pou konwonpi lajistis ki se dwa a yon malere nan pwosè li.
EXO 23:7 Rete lwen yon fo pwosè, e pa touye inosan an oswa moun ki dwat la, paske Mwen p ap jistifye koupab la.
EXO 23:8 Ou pa pou pran lajan anba tab, paske kòb anba tab ap avegle sila ki wè klè yo, e konwonpi kòz sila ki jis yo.
EXO 23:9 Ou pa pou oprime yon etranje, paske nou konnen pozisyon a yon etranje, konsi, nou osi te etrange nan peyi Égypte la.
EXO 23:10 Ou va simen tè ou pou sis ane, e rekòlte donn li,
EXO 23:11 men nan setyèm ane a ou va kite li san fè anyen pou l kab pran repo. Konsa, malere pami pèp nou an kapab manje, epi nenpòt sa yo menm ta kite, ap rete pou bèt chan yo. Ou ap fè menm bagay la avèk chan rezen e avèk chan doliv ou yo.
EXO 23:12 Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.
EXO 23:13 Alò, konsènan tout sa ke M te pale avèk nou yo, pran atansyon pou fè yo. Konsa, pa nonmen non a lòt dye yo, ni kite yo tande pawòl sa yo sòti nan bouch nou.
EXO 23:14 Twa fwa pa ane nou va selebre yon fèt pou Mwen.
EXO 23:15 Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven an, jan Mwen te kòmande nou an, nan tan ki apwente nan mwa Abib la, paske nan li nou te sòti an Égypte. Epi okenn moun pèsòn p ap parèt devan M men vid.
EXO 23:16 Osi nou va obsève fèt Mwason Premye Fwi a travay nou yo, nan sa ke nou te simen nan chan, anplis, fèt rekòlt nan fen ane a lè nou fin ranmase tout fwi travay nan jaden nou yo.
EXO 23:17 Twa fwa pa lane tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ Bondye a.
EXO 23:18 Nou pa pou ofri san a sakrifis Mwen ansanm avèk pen ledven. Ni grès fèt Mwen an pa pou pase lannwit pou rive nan maten.
EXO 23:19 Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.
EXO 23:20 “Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an.
EXO 23:21 Rete vijilan devan li, e obeyi vwa li. Pa fè rebelyon anvè li, paske li p ap padone peche nou yo, paske non Mwen nan li.
EXO 23:22 “Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo.
EXO 23:23 Paske zanj Mwen va ale devan nou pou mennen nou nan peyi Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo, Evityen yo, ak Jebizyen yo. Epi Mwen va detwi yo nèt.
EXO 23:24 “Nou pa pou adore dye pa yo, ni sèvi yo, ni fè selon zèv pa yo, men nou va boulvèse yo nèt e nou va kraze pilye sakre pa yo an mòso.
EXO 23:25 Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Mwen va retire maladi pami nou.
EXO 23:26 P ap gen foskouch oswa moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin akonpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.
EXO 23:27 “Mwen va voye laperèz Mwen devan nou. Mwen va jete nan konfizyon tout pèp pami sila nou parèt yo, e Mwen va fè tout lènmi nou yo ban nou do.
EXO 23:28 Mwen va voye gèp devan nou pou yo pouse mete deyò tout Evityen yo, Kananeyen yo, ak Etyen yo devan nou.
EXO 23:29 Mwen p ap pouse yo deyò nan yon sèl ane, pou peyi a pa vin dezole, e pou bèt chan yo pa vin twòp pou nou.
EXO 23:30 Mwen va pouse yo deyò devan nou mòso pa mòso jiskaske nou vin gran, e posede peyi a.
EXO 23:31 “Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Euphrate paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou.
EXO 23:32 “Nou pa pou fè okenn akò avèk yo, ni avèk dye pa yo.
EXO 23:33 Yo p ap viv nan peyi nou, paske yo va fè nou peche kont Mwen; paske si nou sèvi dye pa yo, sa va vrèman vin yon pèlen pou nou.”
EXO 24:1 Alò, Li te di a Moïse: “Vin monte vè SENYÈ a, ou menm avèk Aaron, Nadab, Abihu avèk swasann-dis nan ansyen Israël yo, e nou va adore a yon distans.
EXO 24:2 Men se sèl Moïse k ap vin toupre SENYÈ a, men yo menm p ap vin pre. Pèp la p ap monte avèk li.”
EXO 24:3 Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!”
EXO 24:4 Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo. Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo.
EXO 24:5 Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a.
EXO 24:6 Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la.
EXO 24:7 Epi li te pran liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”
EXO 24:8 Alò, Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”
EXO 24:9 Alò, Moïse te pran Aaron, Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte.
EXO 24:10 Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm.
EXO 24:11 Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.
EXO 24:12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo.”
EXO 24:13 Alò, Moïse te leve avèk Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan mòn Bondye a.
EXO 24:14 Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.”
EXO 24:15 Alò Moïse te monte nan mòn nan, e nwaj la te kouvri mòn nan.
EXO 24:16 Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la.
EXO 24:17 Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan.
EXO 24:18 Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit.
EXO 25:1 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
EXO 25:2 “Pale fis Israël yo pou yo rasanble yon ofrann pou Mwen. Soti nan chak òm ki gen bon kè ou va resevwa yon ofrann.
EXO 25:3 “Sa se ofrann ke nou va rekeyi nan men yo: lò, lajan, ak bwonz,
EXO 25:4 Twal nan koulè ble, mov, ak wouj, avèk twal fen blan, pwal kabrit,
EXO 25:5 po belye fonse wouj, po dofen bwa akasya,
EXO 25:6 lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon, e pou lansan santi bon
EXO 25:7 pyè oniks ak pyè baz bijou pou efòd la, e pou pyès vètman lestomak la.
EXO 25:8 “Kite yo konstwi yon sanktyè pou Mwen, pou Mwen kapab rete pami yo.
EXO 25:9 Selon tout sa ke M gen pou montre nou, kòm modèl tabènak la, ak patwon tout mèb li yo, se konsa ojis ke nou va konstwi li.
EXO 25:10 “Yo va konstwi yon lach avèk bwa akasya, de koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè, ak yon koude edmi nan wotè.
EXO 25:11 Ou va kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò. Fè yon kouch lò pou kouvri li nèt, e fè yon woulèt lò pou antoure li.
EXO 25:12 Ou va fonde kat gwo wondèl pou li, e tache yo nan kat pye li yo, epi de wondèl va yon kote, e de wondèl yon lòt kote.
EXO 25:13 “Ou va fè poto ak bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò.
EXO 25:14 Ou va mete poto yo pase anndan wondèl yo sou kote lach la, e pote lach la avèk yo.
EXO 25:15 Poto yo va rete nan wondèl lach yo. Yo p ap retire sou li.
EXO 25:16 Ou va mete nan lach la temwayaj ke Mwen va bay ou a.
EXO 25:17 “Ou va fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi, de koude edmi nan longè, ak yon koude edmi nan lajè.
EXO 25:18 Ou va fè de cheriben an lò, fè yo tankou yon zèv an lò ki bat avèk zouti nan de bout a chèz pwopyatwa a.
EXO 25:19 Fè yon cheriben nan yon pwent, e yon lòt nan lòt pwent lan. Ou va fè cheriben yo tankou yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a, nan de pwent li.
EXO 25:20 Cheriben yo va gen zèl yo k ap ouvri pa anlè. Yo va kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, epi figi a youn ap vire vè lòt. Konsa, fas toude cheriben yo ap gade vè chèz pwopyatwa a.
EXO 25:21 “Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach la, e nan lach la ou va mete temwayaj ke Mwen va bay ou a.
EXO 25:22 La Mwen va rankontre avèk ou, epi soti anwo chèz pwopyatwa a, nan antre de cheriben yo ki sou lach temwayaj la, Mwen va pale avèk ou selon tout sa ke Mwen va ba ou nan kòmandman pou fis Israël yo.
EXO 25:23 “Ou va fè yon tab avèk bwa akasya, de koude nan longè, yon koude nan lajè e yon koude edmi nan wotè.
EXO 25:24 Ou va kouvri li avèk yon kouch lò pi, e antoure li avèk yon woulèt fèt an lò.
EXO 25:25 Ou va fè yon rebò lajè kat dwat pou antoure li, e ou va fè yon bòdi pou rebò ki antoure li a.
EXO 25:26 “Ou va fè kat wondèl an lò pou li, e mete wondèl yo sou kat kwen ki sou kat pye li yo.
EXO 25:27 Wondèl yo va toupre rebò a kòm soutyen k ap resevwa poto k ap pote tab la.
EXO 25:28 Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò, dekwa ke pa yo menm, tab la kapab pote.
EXO 25:29 “Ou va fè asyèt, kiyè yo, louch ak chodyè yo, avèk bòl li yo k ap sèvi pou vide ofrann yo. Ou va fè yo avèk lò pi.
EXO 25:30 “Ou va mete pen Prezans lan sou tab la devan Mwen pou li la tout lè.
EXO 25:31 “Alò, ou va fè yon chandelye avèk lò pi. Chandelye a avèk baz ak pyè li yo gen pou fòme avèk lò ki bat. Tas li yo, boujon li yo, avèk flè li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li.
EXO 25:32 “Sis branch yo va soti sou kote li yo; twa branch chandelye a nan yon bò, e twa branch chandelye a nan lòtbò a.
EXO 25:33 Twa tas yo va fòme tankou flè zanmann sou yon branch, yon boujon, yon flè, e twa tas yo fòme tankou flè zanmann sou lòt branch lan, yon boujon avèk yon flè—konsa pou sis branch yo sòti nan chandelye a;
EXO 25:34 Epi nan chandelye a, kat tas ki fòme tankou flè zanmann yo, avèk boujon ak flè li.
EXO 25:35 Yon boujon va vin mete anba premye pè branch ki sòti nan li yo, e yon boujon anba dezyèm pè branch ki sòti nan li yo, pou tout sis branch k ap sòti nan chandelye yo.
EXO 25:36 Boujon pa yo avèk branch pa yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li. Yo tout va fòme yon èv nan yon sèl pyès, fòme avèk mato ak lò pi.
EXO 25:37 “Alò, ou va fè sèt lanp e yo va monte yo nan yon sans k ap voye limyè sou espas ki devan li an.
EXO 25:38 Etoufè yo avèk asyèt pa yo va fèt avèk lò pi.
EXO 25:39 Li va fèt avèk yon talan swasann-kenz liv lò avèk tout bagay itil sa yo.
EXO 25:40 “Veye pou nou fè yo selon patwon ki pou yo a, ki te montre a ou nan mòn nan.”
EXO 26:1 “Anplis de sa, ou va fè tabènak la avèk dis rido an twal len fen ki tòde avèk twal ble, mov, ak wouj, ak cheriben yo. Yo gen pou fèt pa yon mèt ouvriye ak gwo kapasite.
EXO 26:2 Longè a chak rido va ventwit koude, e lajè chak rido va kat koude. Tout rido yo va gen menm mezi.
EXO 26:3 Senk rido va vin jwenn youn ak lòt, e lòt senk rido yo va jwenn youn ak lòt.
EXO 26:4 “Ou va fè lasèt yo an ble sou kote rido ki plis deyò a nan premye asanblaj la, e osi ou va fè yo sou kote de tapi ki plis deyò nan dezyèm asanblaj la.
EXO 26:5 Ou va fè senkant lasèt nan yon rido, e ou va fè senkant lasèt sou kote rido ki nan dezyèm asanblaj la. Lasèt yo va opoze anfas youn ak lòt.
EXO 26:6 Ou va fè senkant kwòk an lò, e ou va jwenn rido yo youn avèk lòt avèk kwòk. Konsa, tabènak la kapab fè yon sèl.
EXO 26:7 “Alò ou va fè rido yo avèk pwal kabrit tankou yon tant sou tabènak la. Ou va fè onz rido antou.
EXO 26:8 Longè chak rido va trant koude, e lajè a va kat koude. Onz rido yo va gen menm mezi.
EXO 26:9 Ou va jwenn senk rido yo poukont yo, lòt sis rido yo poukont yo, e ou va vin double sizyèm rido a pa devan tant lan.
EXO 26:10 “Ou va fè senkant lasèt sou kote rido a ki plis pa deyò nan premye asanblaj la, e senkant lasèt sou kote rido a ki plis pa deyò nan dezyèm asanblaj la.
EXO 26:11 Ou va fè senkant kwòk an bwonz. Ou va mete kwòk yo nan lasèt yo e ou va jwenn tant lan ansanm pou li fè yon sèl.
EXO 26:12 “Mòso anplis ki debòde nan rido a tant lan, mwatye rido ki rete a, va kouche anwo lòt la pa dèyè tabènak la.
EXO 26:13 Yon koude sou yon kote e yon koude sou lòt kote a, sa ki rete nan longè rido a tant lan, li va debòde sou kote tabènak la sou yon bò, ni sou lòt la pou kouvri li.
EXO 26:14 “Ou va fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye ki fonse wouj, e yon kouvèti an po dofen pa anwo.
EXO 26:15 “Alò ou va fè planch pou tabènak la avèk bwa akasya ki kanpe tou dwat.
EXO 26:16 Dis koude va longè a chak planch e yon koude edmi, lajè a chak planch.
EXO 26:17 Va genyen de bout pou chak planch, ki jwenn youn ak lòt. Konsa ou va fè pou tout planch tabènak yo.
EXO 26:18 “Ou va fè planch yo pou tabènak la: ven planch pou kote sid la.
EXO 26:19 Ou va fè karant baz reseptikal an ajan anba ven planch yo, de baz reseptikal anba yon planch pou de bout li yo, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de bout li yo.
EXO 26:20 Pou dezyèm kote nan tabènak la, sou fas nò a, ven planch,
EXO 26:21 epi karant baz reseptikal pa yo fèt an ajan; de baz reseptikal anba yon lòt planch.
EXO 26:22 Pou dèyè tabènak la, nan lwès la, ou va fè sis planch.
EXO 26:23 “Ou va fè de planch pou kwen a tabènak la pa dèyè.
EXO 26:24 Yo va double pa anba, e ansanm yo va vin konplete jis nan pwent anlè pou rive nan premye wondèl la. Se konsa li va ye avèk toude: yo va fòme de kwen yo.
EXO 26:25 Li va genyen uit planch avèk pwòp baz reseptikal pa yo fèt an ajan, sèz baz reseptikal yo; de baz reseptikal anba yon planch, e de baz reseptikal anba yon lòt planch.
EXO 26:26 “Epi ou va fè senk travès yo avèk bwa akasya, senk pou planch yo nan yon kote tabènak la,
EXO 26:27 epi senk travès pou planch yo nan lòt kote tabènak la, e senk travès pou planch yo pou kote a tabènak la pa fas dèyè vè lwès la.
EXO 26:28 Travès mitan jis nan mitan planch yo va pase nèt sòti nan yon pwent a lòt pwent lan.
EXO 26:29 Ou va kouvri planch yo avèk lò e fè wondèl yo avèk lò tankou soutyen pou travès yo. Epi ou va kouvri poto yo avèk lò.
EXO 26:30 “Ou va monte tabènak la selon plan ki te montre a ou sou mòn nan.
EXO 26:31 “Ou va fè yon vwal avèk materyo ble, ak mov avèk wouj; twal fen blan byen tòde. Li va fèt avèk yon cheriben, zèv a yon mèt ouvriye ki gen kapasite.
EXO 26:32 Ou va pandye li sou kat pilye akasya yo ki kouvri avèk lò, kwòk pa yo osi fèt avèk lò, sou kat baz reseptikal ki fèt an ajan yo.
EXO 26:33 Ou va pandye vwal la anba kwòk yo e ou va fè li antre nan lach temwayaj la nan plas sa a, pa anndan vwal la. Konsa, vwal la va sèvi pou nou kòm yon separasyon antre lye ki sen an ak lye ki sen pase tout la.
EXO 26:34 “Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach temwayaj la nan lye ki sen pase tout la.
EXO 26:35 Ou va mete tab la deyò vwal la, e chandelye a anfas tab la sou kote tabènak ki vè sid la. Epi ou va mete tab la nan fas nò a.
EXO 26:36 “Ou va fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, e wouj, ak twal fen blan byen tòde, zèv a yon mèt tiseran.
EXO 26:37 Ou va fè senk pilye yo avèk akasya pou rido a, e ou va kouvri yo avèk lò. Kwòk pa yo osi va fèt avèk lò. Konsa, ou va fonde senk baz reseptikal an bwonz pou yo.”
EXO 27:1 “Ou va fè lotèl la avèk bwa akasya, senk koude nan longè, e senk koude nan lajè. Lotèl la va fèt kare, e wotè li va twa koude.
EXO 27:2 Ou va fè kòn li yo sou kat kwen. Kòn li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li, epi ou va vin kouvri li avèk bwonz.
EXO 27:3 “Ou va fè bokit li yo pou retire sann, avèk pèl li yo, basen li yo, fouch li yo, ak po dife. Ou va fè tout bagay itil sa yo avèk bwonz.
EXO 27:4 Ou va fè pou li yon griyaj, yon èv trese an bronz. Epi nan très yo ou va fè kat wondèl an bwonz nan kat kwen li yo.
EXO 27:5 Ou va mete li anba, arebò lotèl la, pou griyaj trese a vin monte a mwatye wotè nan lotèl la.
EXO 27:6 “Ou va fè poto yo pou lotèl la, poto an bwa akasya yo, e kouvri yo avèk bwonz.
EXO 27:7 Poto yo va fonse antre nan wondèl yo, pou poto yo kab rive sou de kote lotèl la lè li pote.
EXO 27:8 Ou va fè li vid, avèk planch. Fè l jan sa te montre a ou nan mòn nan, konsa yo va fè li.
EXO 27:9 “Ou va fè galeri tabènak la. Nan kote sid la ap gen twal fen blan k ap pandye, byen tòde e san koude nan longè pou yon bò.
EXO 27:10 Pilye li yo va kontwole ven, avèk ven baz reseptikal yo an bwonz. Kwòk pilye yo avèk bann seraj pa yo va fèt an ajan.
EXO 27:11 Menm jan pou kote nò a, nan longè va genyen k ap pandye san koude nan longè, e ven pilye pa li yo avèk ven baz reseptikal yo an bwonz. Kwòk yo avèk bann seraj pa yo va fèt an ajan.
EXO 27:12 “Pou lajè galeri a nan kote lwès la va gen bagay k ap pann pou senkant koude, avèk dis pilye pa yo, ak dis baz reseptikal pa yo.
EXO 27:13 Lajè galeri a nan kote lès la va senkant koude.
EXO 27:14 Sa ki pann nan yon kote pòtay la va kenz koude avèk twa pilye pa yo, ak twa baz reseptikal pa yo.
EXO 27:15 Epi pou lòt kote a va gen ki pandye kenz koude avèk twa pilye pa yo, ak twa baz reseptikal pa yo.
EXO 27:16 “Pou pòtay galeri a va gen yon rido ven koude, avèk twal ble, mov, e wouj avèk twal fen blan, byen tòde, lèv a yon mèt tiseran, avèk kat pilye pa yo, ak kat baz reseptikal pa yo.
EXO 27:17 Tout pilye ki antoure galeri yo va founi avèk bann seraj yo an ajan, avèk kwòk yo an ajan, e baz reseptikal yo an bronz.
EXO 27:18 Longè a galeri a va san koude, lajè a va senkant toupatou, e wotè a, senk koude an twal fen blan, byen tòde, avèk baz reseptikal yo an bwonz.
EXO 27:19 “Tout bagay itil a tabènak yo sèvi nan tout sèvis li, ak tout pikèt li yo va fèt an bwonz.
EXO 27:20 “Ou va pase lòd a fis Israël yo pou yo pote bay ou lwil byen klè ki fèt avèk oliv byen bat pou limyè a, pou yon lanp kapab briye tout tan.
EXO 27:21 Nan tant rankont lan, deyò tapi a, ki avan temwayaj la, Aaron avèk fis li yo va kenbe li an lòd depi nan aswè rive jiska maten devan SENYÈ a: li va yon règleman jis pou tout tan, pou tout jenerasyon pa yo, pou fis Israël yo.”
EXO 28:1 “Epi fè Aaron, frè ou a vin pre ou menm, avèk fis pa li yo avè l, pami fis Israël yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen—Aaron, Nadab, avèk Abihu, Éléazar, ak Ithamar, fis Aaron yo.
EXO 28:2 “Ou va fè vètman sen pou Aaron, frè ou a, pou onore li, e pou l byen parèt.
EXO 28:3 Ou va pale avèk tout moun ki kapab yo, sa yo ke M te bay yon lespri sajès, pou fè vètman Aaron yo pou konsakre li, pou li kapab sèvi Mwen kòm prèt.
EXO 28:4 “Sa yo se vètman ke yo va fè: yon pyès pou kouvri lestomak yo, yon efòd, avèk yon gwo manto, yon tinik avèk yon modèl kare, yon tiban pou tèt la, yon sentiwon ki fèt an twal. Yo va fè vètman sen yo pou Aaron, frè ou a ak fis li yo, pou li kapab sèvi kòm prèt pou Mwen.
EXO 28:5 Yo va pran lò a avèk twal ble, mov, wouj, ak twal fin blan an.
EXO 28:6 “Yo va osi fè efòd la avèk lò, avèk twal ble, mov, wouj, ak twal fen blan ki byen tòde, travay a yon mèt ouvriye byen prepare.
EXO 28:7 Li va gen de pyès zepòl ki jwenn nan pwent li yo, pou li kapab jwenn ansanm.
EXO 28:8 Bann tise ki fèt avèk yon bòdi byen prepare sou li a, va menm jan ak kalite travay a li menm nan, avèk menm twal la: an lò, ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde a.
EXO 28:9 “Ou va pran de pyè oniks, e grave sou yo non a fis Israël yo.
EXO 28:10 Sis nan non yo va sou yon pyè, e sis ki rete yo sou lòt pyè a, selon lòd nesans yo.
EXO 28:11 Ak travay a yon mèt grave sou bijou, tankou fèt pou yon so, ou va grave sou pyè yo selon non a fis Israël yo. Ou va monte monti fèt an lò yo.
EXO 28:12 Ou va mete de pyè sa yo sou pyès zepòl yo nan efòd la, kòm pyè pou toujou sonje fis Israël yo. Konsa, Aaron va pote non pa yo devan SENYÈ a sou de zepòl li yo tankou yon bagay komemoratif.
EXO 28:13 Ou va pozisyone l sou yon monti fèt an lò,
EXO 28:14 ak de chèn an lò pi, Ou va fè yo tankou èv kòd ki tòde, e ou va mete chèn trese yo sou monti lò yo.
EXO 28:15 “Ou va fè yon pyès jijman pou lestomak, èv a yon mèt ouvriye; tankou èv efòd la, ou va fè li: avèk lò, twal ble, mov, e wouj, tòde byen fen ou va fè li.
EXO 28:16 Li va kare, plwaye doub, yon epann lajè yon men louvri nan lajè, e yon epann nan longè.
EXO 28:17 “Ou va monte sou li kat ranje nan pyè yo; premye ranje a va yon ranje avèk woubi, topaz ak emwod;
EXO 28:18 epi dezyèm ranje a yon tikwaz, yon safi, avèk yon dyaman;
EXO 28:19 epi twazyèm ranje a, yon opal, yon agat, ak yon ametis;
EXO 28:20 epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp; yo va plase nan monti an lò yo.
EXO 28:21 Pyè yo va selon non fis Israël yo: douz selon non pa yo. Yo va grave yo tankou sa ki fèt nan selil yo, yo chak selon non pa yo pou douz tribi yo.
EXO 28:22 “Ou va fè sou pyès lestomak la, chèn tankou kòd ki tòde, yon zèv ki fèt avèk lò pi.
EXO 28:23 Ou va fè nan pyès lestomak la de wondèl an lò, e ou va mete de wondèl yo nan de pwent yo nan pyès lestomak la.
EXO 28:24 Ou va mete de kòd lò yo nan de wondèl yo nan pwent a pyès lestomak yo.
EXO 28:25 Ou va mete lòt de pwent kòd yo nan de monti fèt byen fen yo, e mete yo sou pyès zepòl a efòd la, pa devan li.
EXO 28:26 “Ou va fè de wondèl an lò e ou va plase yo sou de pwent pyès lestomak yo, akote li, ki se bò kote anndan efòd la.
EXO 28:27 Ou va mete de wondèl an lò e ou va mete yo nan pati anba pyès efòd yo, pa devan li, toupre plas kote li jwenn nan, anwo bann tise byen fen nan efòd la.
EXO 28:28 Yo va atache pyès lestomak la pa wondèl li yo ak wondèl efòd yo avèk yon kòd an ble, pou li kapab sou bann nan ki trese byen fen nan efòd la, pou pyès lestomak la pa vin detache nan efòd la.
EXO 28:29 “Aaron va pote non a fis Israël yo nan pyès lestomak jijman an sou kè li lè l ap antre nan lye sen an, kòm yon souvni pou tout tan devan SENYÈ a.
EXO 28:30 Ou va mete nan pyès lestomak jijman an, Ourim nan avèk Toumim nan, e yo va sou kè Aaron lè l ap antre devan SENYÈ a. Konsa, Aaron va pote jijman a fis Israël yo sou kè li tout tan devan SENYÈ a.
EXO 28:31 “Ou va fè tout manto efòd la an ble.
EXO 28:32 Va genyen yon ouvèti nan tèt anwo li, nan mitan li. Ozanviwon ouvèti li va genyen yon bòdi ak zèv trese, tankou ouvèti nan yon pwotèj batay, pou li pa chire.
EXO 28:33 Ou va fè nan woulèt li grenad ak materyèl ble, mov, e wouj, toutotou woulèt li, ak klòch an lò antre yo chak toutotou:
EXO 28:34 yon klòch an lò ak yon grenad, yon klòch an lò ak yon grenad, toutotou woulèt manto a.
EXO 28:35 Li va sou Aaron lè l ap fè sèvis li; epi son li va tande lè l ap antre e soti nan lye sen an devan SENYÈ a, jis pou li pa mouri.
EXO 28:36 “Ou va osi fè yon plak avèk lò pi, e li va grave sou li, jan li grave a yon so: “Sen a SENYÈ a.”
EXO 28:37 Ou va tache li avèk yon kòd ble, e li va rete sou tiban an; li va pa devan tiban an.
EXO 28:38 Li va sou fwon Aaron, e Aaron va retire inikite nan bagay sen ke fis Israël yo konsakre yo, selon tout ofrann sen pa yo; epi li va toujou sou fwon li, pou yo kapab aksepte devan SENYÈ a.
EXO 28:39 Ou va trese yon tinik avèk modèl kare avèk twal fen blan, ou va fè yon tiban avèk twal fen blan, e ou va fè yon sentiwon bwode, èv a yon bòs tiseran.
EXO 28:40 Pou fis Aaron yo ou va fè tinik yo; ou va osi fè sentiwon pou yo. Ou va fè chapo pou yo, pou onore yo, e pou fè yo byen parèt.
EXO 28:41 Ou va mete yo sou Aaron, frè ou a, sou fis li yo avèk li, epi ou va vide lwil sou yo pou fè òdonasyon yo e konsakre yo, pou yo kab sèvi Mwen kòm prèt.
EXO 28:42 “Ou va fè pou yo pantalon avèk len pou kouvri nidite yo. Yo va sòti nan ren yo jis rive nan kwis yo.
EXO 28:43 Yo va sou Aaron avèk fis li yo lè y ap antre nan tant reyinyon an, oswa lè y ap pwoche lotèl la pou fè sèvis nan lye sen an, pou yo pa atire koupabilite, e mouri. “Sa va yon règleman pou tout tan pou li, e pou desandan apre li yo.”
EXO 29:1 “Alò, se sa nou va fè a yo menm pou konsakre yo pou fè sèvis kòm prèt Mwen: pran yon jèn towo avèk de belye san defo,
EXO 29:2 epi pen san ledven avèk gato san ledven. Mele yo avèk lwil, ak galèt san ledven ki kouvri avèk lwil. Ou va fè yo avèk farin fen.
EXO 29:3 Ou va mete yo nan yon panyen, e prezante yo nan panyen an ansanm avèk towo a avèk de belye yo.
EXO 29:4 “Konsa, ou va mennen Aaron avèk de fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e lave yo avèk dlo.
EXO 29:5 Ou va pran vètman yo. Ou va mete sou Aaron tinik lan avèk manto efòd la, efòd avèk pyès lestomak la, e ou va mare senti li avèk bann trese byen fen ki sou efòd la.
EXO 29:6 Ou va mete tiban an sou tèt li, e mete kouwòn sen an sou tiban an.
EXO 29:7 Epi ou va pran lwil onksyon an, ou va vide li sou tèt li pou onksyone li.
EXO 29:8 Ou va mennen fis li yo, e mete tinik yo sou yo.
EXO 29:9 Ou va mete sentiwon pou yo, ni Aaron ni fis li yo, e ou va mare chapo yo sou tèt yo. Yo va genyen pozisyon prèt la, kòm yon lòd k ap pou tout tan san fen.
EXO 29:10 “Konsa, ou va mennen towo a devan tant reyinyon an, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt towo a.
EXO 29:11 Ou va touye towo a devan SENYÈ a nan pòtay tant reyinyon an.
EXO 29:12 Ou va pran kèk nan san towo a, e ou va mete sou kòn lotèl la avèk dwèt ou; epi ou va vide tout san an nan baz lotèl la.
EXO 29:13 Ou va pran tout grès ki kouvri zantray yo, avèk gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la.
EXO 29:14 Men chè towo a avèk po li ak watè li, ou va brile yo avèk dife andeyò kan an. Li menm se yon ofrann peche.
EXO 29:15 “Ou va anplis pran belye sa a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a.
EXO 29:16 Ou va touye belye a e ou va pran san li pou flite li toutotou lotèl la.
EXO 29:17 Ou va koupe belye a an mòso, lave zantray li yo avèk janm li yo, e mete yo avèk mòso li yo avèk tèt li.
EXO 29:18 Ou va ofri anlè nan lafimen tout belye a sou lotèl la; li se yon ofrann brile a SENYÈ a; li se yon sant ki dous; yon sakrifis pa dife pou SENYÈ a.
EXO 29:19 “Alò ou va pran lòt belye a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a.
EXO 29:20 Ou va touye belye a, ou va pran kèk nan san li e mete li sou tèt zòrèy adwat Aaron, sou tèt zòrèy dwat a fis li yo, sou pous men dwat yo, nan gwo zòtèy pye dwat yo, e flite rès san an toutotou lotèl la.
EXO 29:21 Ou va pran kèk nan san ki sou lotèl la ak kèk nan lwil onksyon an, e ou va flite li sou Aaron ak sou vètman li yo, sou fis li yo ak sou vètman ki pou fis li yo avèk li. Konsa li menm va vin konsakre; li menm, avèk vètman li yo avèk fis li yo, ak vètman a fis li yo.
EXO 29:22 “Ou va anplis pran grès belye a, grès ki nan ke a, ak grès ki kouvri zantray li yo, gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo avèk grès ki sou yo a ak grès ki sou kwis dwat la (akoz ke se yon belye pou òdonasyon an),
EXO 29:23 Epi yon gato pen avèk yon gato nan pen ki mele avèk lwil la, ak yon galèt ki sòti nan panyen pen san ledven an ki devan SENYÈ a.
EXO 29:24 Ou va mete tout sa yo nan men Aaron ak men a fis li yo, e ou va balanse yo anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a.
EXO 29:25 Ou va pran yo sòti nan men pa yo, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la, tankou yon bagay ki santi bon devan SENYÈ a: li se yon ofrann pa dife pou SENYÈ a.
EXO 29:26 “Epi ou va pran vyann pwatrin belye a ki pou òdonasyon Aaron an, e ou va balanse li anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a. Li va pòsyon pa w.
EXO 29:27 “Ou va konsakre pwatrin ofrann balanse a, kwis ofrann ki te voye anlè a, ki te balanse e ki te ofri kòm belye òdonasyon an, sila ki te pou Aaron an, ak sila ki te pou fis li yo.
EXO 29:28 Li va pou Aaron avèk fis li yo kòm pòsyon pa yo jis pou tout tan; li va sòti nan fis Israël yo, paske se yon ofrann voye anlè ke li ye. Li va yon ofrann voye anlè sòti nan fis Israël yo, sòti nan sakrifis ofrann lapè pa yo, menm ofrann anlè bay SENYÈ a.
EXO 29:29 “Vètman sen ki pou Aaron yo va pou fis li yo apre li, ke nan yo, yo kapab onksyone e òdone.
EXO 29:30 Pandan sèt jou sila pami fis li yo ki vin prèt nan plas li, li va mete yo sou li lè l ap antre nan tant reyinyon an pou fè sèvis nan lye sen an.
EXO 29:31 “Ou va pran belye òdonasyon an e ou va bouyi chè li nan yon lye sen.
EXO 29:32 “Aaron avèk fis li yo va manje chè belye a ak pen ki nan panyen ki nan pòtay tant reyinyon an.
EXO 29:33 Konsa yo va manje bagay sa yo pa sa ke ekspyasyon te fèt nan òdonasyon ak konsekrasyon yo; men yon etranje pa pou manje yo, paske yo sen.
EXO 29:34 Si yon bagay nan chè òdonasyon an oswa, yon pen rete jis rive nan maten, ou va brile rès la avèk dife. Li p ap manje, akoz li sen.
EXO 29:35 “Konsa ou va fè pou Aaron ak fis li yo, selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo. Ou va òdone yo pandan sèt jou.
EXO 29:36 “Chak jou ou va ofri yon towo kòm ofrann ekspyasyon pou peche. Ou va pirifye lotèl la lè ou fè ekspyasyon pou li. E ou va onksyone li pou l kab vin konsakre.
EXO 29:37 Pandan sèt jou ou va fè ekspyasyon sou lotèl la, e ou va konsakre li. Konsa lotèl la va pi sen, e nenpòt sa ki touche li va sen.
EXO 29:38 “Alò, se sa ke ou va ofri sou lotèl la: de jèn mouton avèk laj de zan, chak jou san rete.
EXO 29:39 Premye jèn mouton an, ou va ofri li nan maten e lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa;
EXO 29:40 epi va genyen yon dizyèm efa (22 lit) farin fen, mele avè l yon ka in (22 lit) nan lwil ki bat, ak yon ka nan in (22 lit) diven kòm yon ofrann bwason avèk yon jèn mouton.
EXO 29:41 Lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa. Ou va ofri avèk li menm ofrann sereyal, e menm ofrann bwason tankou nan maten an pou yon bagay ki santi bon, yon ofrann pa dife vè SENYÈ a.
EXO 29:42 “Li va yon ofrann brile nan tout tan pou tout jenerasyon nou yo, nan pòtay tant reyinyon an devan SENYÈ a, kote Mwen va reyini avèk nou, pou pale avèk nou la a.
EXO 29:43 “Mwen va reyini la avèk fis Israël yo, e li va vin konsakre akoz glwa Mwen.
EXO 29:44 Mwen va konsakre tant reyinyon an ak lotèl la. Mwen va osi konsakre Aaron ak fis li yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen.
EXO 29:45 “Mwen va vin rete pami fis Israël yo e Mwen va Bondye pa yo.
EXO 29:46 Yo va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa yo ki te fè yo sòti nan peyi Égypte la, pou M ta kapab rete pami yo: Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a.”
EXO 30:1 “Anplis, ou va fè yon lotèl kòm yon plas pou brile lansan. Ou va fè li avèk bwa akasya.
EXO 30:2 Longè li va yon koude, e lajè li va yon koude. Li va kare, e wotè li va de koude. Kòn li yo va fèt tankou yon sèl pyès ansanm avèk li.
EXO 30:3 Ou va kouvri li avèk yon kouch fen an lò; tèt li e akote li, toupatou ansanm avèk kòn li yo; epi ou va fè yon bòdi lò pou antoure li nèt.
EXO 30:4 Ou va fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li. Ou va fè yo sou de fas kote, ki opoze yo, e yo va soutyen pou poto ki sèvi pou pote li yo.
EXO 30:5 Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk lò.
EXO 30:6 Ou va mete lotèl sa a pa devan vwal ki pre lach temwayaj la, devan chèz pwopyatwa a ki kouvri lach temwayaj la, kote Mwen va rankontre avèk ou a.
EXO 30:7 “Aaron va brile lansan ki santi bon sou li. Li va brile li chak maten lè l ap pran swen lanp yo.
EXO 30:8 Lè Aaron ap pran swen lanp yo nan aswè, li va brile lansan. Va genyen lansan tout tan devan SENYÈ a pandan tout jenerasyon nou yo.
EXO 30:9 “Ou pa pou ofri okenn lòt lansan sou lotèl sila a, ni ofrann ki brile, ni ofrann sereyal; ni ou pa pou vide yon ofrann bwason sou li.
EXO 30:10 Aaron va fè ekspyasyon sou kòn li yo yon fwa pa ane. Li va fè ekspyasyon sou li avèk san ofrann peche ki pou ekspyasyon an yon fwa pa ane pandan tout jenerasyon nou yo. Li pi sen pase tout bagay bay SENYÈ a.”
EXO 30:11 SENYÈ a te osi pale ak Moïse. Li te di l:
EXO 30:12 “Lè nou fè yon kontwòl ofisyèl de tout fis Israël yo pou konte yo, alò, chak nan yo va bay pwòp ranson li pou nanm li bay SENYÈ a, lè n ap kontwole yo, pou pa vin genyen okenn epidemi ki rive pami yo lè n ap nimewote yo.
EXO 30:13 Se chak moun ki kontwole yo ki va bay: mwatye sik selon sik sanktyè a, (yon sik se ven gera) mwatye sik kòm kontribisyon bay SENYÈ a.
EXO 30:14 “Tout moun ki kontwole, soti nan laj a ventan oswa plis, va bay yon kontribisyon bay SENYÈ a.
EXO 30:15 Rich yo p ap peye plis, ni malere yo p ap peye mwens ke mwatye sik la, lè ou bay kontribisyon SENYÈ a pou fè ekspyasyon pou nou menm.
EXO 30:16 “Ou va pran lajan ekspyasyon an pou fis Israël yo, e ou va bay li pou sèvis nan tant reyinyon an, pou li kapab yon souvni pou fis Israël yo devan SENYÈ a, pou fè ekspyasyon pou nou menm.”
EXO 30:17 “SENYÈ a te pale a Moïse Li te di l:
EXO 30:18 Ou va osi fè yon basen lave an bwonz, avèk yon baz an bwonz, pou lave. Ou va mete li antre tant reyinyon an avèk lotèl la, e ou va mete dlo ladann.
EXO 30:19 Aaron avèk fis li yo va lave men yo ak pye yo ladann.
EXO 30:20 Lè yo antre nan tant reyinyon an, yo va lave avèk dlo, jis pou yo pa mouri; oswa lè yo pwoche lotèl la pou fè sèvis, pou ofri anlè nan lafimen, yon ofrann dife vè SENYÈ a.
EXO 30:21 Epi yo va lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Konsa, li va yon règleman k ap la pou toujou, pou Aaron avèk desandan li yo pami tout jenerasyon yo.”
EXO 30:22 Anplis, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
EXO 30:23 “Pran anplis pou ou menm pi bon epis yo: nan mi k ap koule, senk san sik, nan kannèl santi bon an, mwatye sa, de-san-senkant, e nan wozo awomatik, de-san-senkant,
EXO 30:24 epi nan kasya, senk-san, selon sik sanktyè a, e nan lwil doliv la, yon in nan lwil doliv la.
EXO 30:25 Ou va fè sila yo tankou yon lwil sen pou onksyone, yon melanj pafen, zèv a yon mèt melanj pafen; se va yon lwil sen pou onksyone.”
EXO 30:26 “Avèk li ou va onksyone tant reyinyon an ak lach temwayaj la,
EXO 30:27 tab la avèk tout bagay itil li yo, lanp bouji a avèk bagay itil li yo, ak lotèl lansan an,
EXO 30:28 lotèl ofrann brile a avèk tout bagay itil li yo, basen lave a, avèk baz li.
EXO 30:29 “Ou va osi konsakre yo, pou yo kapab vin sen pase tout bagay. Nenpòt moun ki touche yo dwe sen.
EXO 30:30 Ou va vide lwil sou Aaron avèk fis li yo, e ou va konsakre yo, pou yo kapab sèvi pou Mwen kòm prèt.”
EXO 30:31 Ou va pale avèk fis Israël yo. Ou va di: “Sa va yon lwil ki sen a Mwen pandan tout jenerasyon nou yo.
EXO 30:32 Li pa pou vide sou kò a okenn moun, ni ou pa pou fè okenn bagay ki sanblab ak li nan menm mezi melanj lan. Li sen, e li va sen pou ou menm.
EXO 30:33 Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”
EXO 30:34 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pran pou ou menm epis yo, safetida, zong santi bon, galbanòm, avèk lansan pi, yo chak nan menm kantite.
EXO 30:35 Avèk li ou va fè lansan, yon pafen, zèv a yon mèt melanj pafen, avèk disèl, ki pi, e ki sen.
EXO 30:36 Ou va bat kèk nan li byen fen, e ou va mete yon pati ladann devan temwayaj la nan tant reyinyon an, kote Mwen va rankontre avèk ou a. Li va yon choz pou nou, ki sen pase tout choz.”
EXO 30:37 “Lansan sa a, nou pa pou fè li nan menm mezi pou sèvis pèsonèl nou; li va sen a nou pou SENYÈ a.
EXO 30:38 Nenpòt moun ki ta fè parèy li pou sèvi kòm pafen va koupe retire pami pèp li a.”
EXO 31:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
EXO 31:2 “Gade, Mwen te rele Betsaléel pa non li, fis Uri a, nan tribi Juda.
EXO 31:3 Mwen te ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo,
EXO 31:4 pou fè desen pou travay avèk lò, avèk ajan, e avèk bwonz,
EXO 31:5 epi nan koupe pyè bijou pou monti, ak nan fè desen sou bwa, pou li kapab fè tout kalite mendèv.
EXO 31:6 “Epi gade byen, Mwen menm te nonmen ansanm avèk li Oholiab, fis Ahisamach la, nan tribi Dan lan; epi osi nan kè tout moun ki ranpli avèk kapasite, Mwen te mete kapasite sa a, pou yo ta kapab fè tout sa ke M te kòmande ou yo:
EXO 31:7 “Pou tant reyinyon an, lach temwayaj la, chèz pwopyatwa a sou li, ak tout mèb tant lan,
EXO 31:8 tab la osi avèk tout bagay itil li yo, chandelye an lò pi avèk tout bagay itil li yo, ak lotèl lansan an,
EXO 31:9 lotèl ofrann ki brile yo, osi avèk tout bagay itil li yo, e basen lave a avèk baz li,
EXO 31:10 epi vètman tise yo tou, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman pou fis li yo, pou ranpli kapasite prèt la;
EXO 31:11 lwil onksyon an osi, ak lansan santi bon pou lye sen an. Yo va fèt selon tout sa ke M te kòmande ou yo.”
EXO 31:12 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
EXO 31:13 “Men pou ou menm, pale a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va vrèman obsève Saba Mwen yo. Paske sa se yon sign antre Mwen ak nou pandan tout jenerasyon pa nou yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an.
EXO 31:14 “‘Pou sa, nou gen pou obsève Saba a, paske li sen pou nou. Tout sila ki vyole li yo va vrèman vin mete a lanmò. Paske nenpòt moun ki fè okenn travay nan li, moun sa a va koupe retire de pèp li a.
EXO 31:15 “‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò.
EXO 31:16 Konsa, fis Israël yo va obsève Saba a, pou selebre Saba a pandan tout jenerasyon pa yo kòm yon akò ki p ap janm sispann.
EXO 31:17 Li se yon sign antre Mwen avèk fis Israël yo pou tout tan. Paske nan sis jou SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, men nan setyèm jou a Li te pran repo, e Li te vin rafrechi Li.’”
EXO 31:18 “Lè Li te fin pale avèk li sou Mòn Sinai a, Li te bay Moïse de tablèt temwayaj la. Tablèt yo te fèt an wòch, e yo te ekri pa dwèt SENYÈ a.”
EXO 32:1 Alò, lè pèp la te wè ke Moïse te fè reta sòti nan mòn nan, pèp la te rasanble vè Aaron e yo te di li: “Vini, fè pou nou yon dye ki va ale devan nou; pwiske, Moïse sila a, nonm ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.”
EXO 32:2 Aaron te di yo: “Chire retire zanno lò ki nan zòrèy a Madanm nou yo, fis nou yo, ak fi nou yo, e pote yo ban mwen.”
EXO 32:3 Epi tout pèp la te chire zanno lò ki te nan zòrèy pa yo. Yo te pote yo bay Aaron.
EXO 32:4 Li te pran yo nan men yo; li te fè desen li avèk yon zouti pou grave, e li te fonn li pou fè yon jèn towo. Konsa yo te di: “Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou sòti nan peyi Égypte la.”
EXO 32:5 Alò, lè Aaron te wè sa, li te bati yon lotèl devan li. Epi Aaron te fè yon pwoklamasyon e te di: “Demen va yon fèt pou SENYÈ a.”
EXO 32:6 Epi nan jou ki te vini an, yo te leve bonè. Yo te ofri ofrann brile a, e yo te pote ofrann lapè yo. Konsa, pèp la te chita pou manje, pou bwè, e yo te leve pou jwe.
EXO 32:7 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin konwonpi.
EXO 32:8 Yo vire byen vit kite chemen ke Mwen te pase lòd ba yo a. Yo fè pou yo menm yon jèn towo fonn, yo adore li, yo fè sakrifis bay li, e yo di: ‘Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou monte kite peyi Égypte la!’”
EXO 32:9 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen wè pèp sa, e gade byen, se yon pèp tèt di.
EXO 32:10 Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”
EXO 32:11 Men Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an?
EXO 32:12 Poukisa Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’” “Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou fè pèp Ou mal la.
EXO 32:13 Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te sèmante pa Ou menm, pou di yo: ‘Mwen va miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’”
EXO 32:14 Konsa, SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap fè a pèp Li a.
EXO 32:15 Alò, Moïse te vire desann mòn nan avèk de tablèt temwayaj yo nan Men l; tablèt ki te ekri nan toude fas yo.
EXO 32:16 Tablèt yo se te zèv Bondye yo te ye. Ekriti a se te ekriti Bondye menm ki grave sou tablèt yo.
EXO 32:17 Alò, lè Josué te tande bwi a pèp la pandan yo t ap rele fò, li te di Moïse: “Gen son lagè nan kan an”.
EXO 32:18 Men li te di yo: “Se pa son a yon kri viktwa, ni se pa son ke y ap pèdi batay; men se son chante ke m tande.”
EXO 32:19 Li te vin rive ke depi Moïse te pwoche kan an, li te wè jèn towo a ak tout dans yo. Konsa, kòlè te briye nan Moïse. Li te jete tablèt ki te nan men li yo atè, e li te kraze yo nan baz mòn nan.
EXO 32:20 Li te pran jèn towo ke yo te fè a; li te brile li avèk dife. Li te kraze l fè poud, e li te gaye li sou tout sifas dlo a. Konsa, li te fè fis Israël yo bwè li.
EXO 32:21 Moïse te di a Aaron: “Kisa pèp sa te fè ou la a, pou ou ta mennen yon si tèlman gwo peche sou yo?”
EXO 32:22 Aaron te di: “Pa kite kòlè a mèt mwen briye. Ou konnen pèp sa a ou menm, ke yo toujou panche vè lemal.
EXO 32:23 Paske yo te di mwen: ‘Fè yon dye pou nou ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a, mesye ki te mennen nou monte sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.’”
EXO 32:24 “Mwen te di yo: ‘Nenpòt moun ki gen nenpòt lò, ke yo chire retire li.’ Alò, yo te ban mwen li, mwen te jete li nan dife a, e ti towo sa a te parèt.”
EXO 32:25 Alò, lè Moïse te wè ke pèp la te pèdi kontwòl nèt—paske Aaron te kite yo pèdi kontwòl pou yo te kapab devni yon rizib pami lènmi yo—
EXO 32:26 Alò, Moïse te vin kanpe nan pòtay kan an, e li te di: “Nenpòt moun ki pou SENYÈ a vin kote mwen!” Epi tout fis Levi yo te rasanble kote li.
EXO 32:27 Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, chak moun nan nou mete nepe nou sou kwis nou. Ale tout kote pòtay sou pòtay nan kan an, e chak touye frè nou, chak zanmi nou, chak vwazen nou.”
EXO 32:28 Konsa, fis a Levi yo te fè sa ke Moïse te enstwi yo a, e anviwon twa-mil moun nan pèp la te tonbe nan jou sa a.
EXO 32:29 Alò Moïse te di: “Konsakre nou nan menm jou sa a bay SENYÈ a—paske chak moun te kont fis li, e kont frè li—pou Li kapab beni nou jodi a.”
EXO 32:30 Nan pwochen jou a, Moïse te di a pèp la: “Nou pou kont nou te komèt yon gwo peche. Koulye a mwen ap monte vè SENYÈ a. Petèt mwen kapab twouve padon pou peche nou yo.”
EXO 32:31 Alò, Moïse te retounen vè Bondye, e te di: “Elas, pèp sa a komèt yon gwo peche. Yo te gen tan fè yon dye an lò pou yo menm.
EXO 32:32 Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yo—e si non, souple efase mwen nan liv ke Ou te ekri a!”
EXO 32:33 SENYÈ a te di a Moïse: “Nenpòt moun ki te peche kont Mwen, Mwen va efase li nan liv Mwen an.
EXO 32:34 Men ale koulye a, mennen pèp la kote Mwen te di ou a. Veye byen, zanj Mwen va ale devan ou. Malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a.”
EXO 32:35 Konsa, SENYÈ a te frape pèp la akoz sa yo te fè avèk jèn towo ke Aaron te fè a.
EXO 33:1 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse: “Pati, ale monte soti isit la, ou menm avèk pèp ke ou te mennen monte sòti nan peyi Égypte la, vè yon peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob lè M te di yo: ‘A desandan nou yo Mwen va bay li.’
EXO 33:2 Mwen va voye yon zanj devan ou, e Mwen va mete Kananeyen yo deyò, Amoreyen yo, Evetyen yo, Ferezyen yo, Etyen yo, ak Jebizyen yo.
EXO 33:3 Monte vè yon peyi ki koule lèt ak siwo myèl; men Mwen p ap monte nan mitan nou, pwiske nou se yon pèp tèt di, e Mwen ta kapab petèt detwi nou nan chemen an.”
EXO 33:4 Lè pèp la te tande pawòl tris sa yo, yo te antre nan gwo doulè, e pèsòn pa t abiye avèk òneman yo.
EXO 33:5 Paske SENYÈ a te di a Moïse: “Di a fis Israël yo: ‘Nou se yon pèp tèt di; si M ta monte nan mitan nou pandan yon moman, Mwen ta detwi nou. Koulye a, pou sa, retire òneman yo sou nou menm, pou M kapab konnen kisa ke M ta dwe fè avèk nou.’”
EXO 33:6 Konsa, soti Mòn Horeb pou rive pi lwen, fis Israël yo te retire tout òneman yo nèt sou yo menm.
EXO 33:7 Alò Moïse te abitye pran tant lan, li te monte li deyò kan an, yon bon distans a kan an, e li te rele li “Tant Reyinyon an”. Epi tout moun ki t ap chache SENYÈ a te konn ale nan tant reyinyon ki te deyò kan an.
EXO 33:8 Epi li te rive ke nenpòt lè ke Moïse te sòti deyò tant lan, ke tout pèp la ta leve kanpe, chak moun nan antre a tant pa yo a, e gade vè Moïse jiskaske li te vin retounen nan tant lan.
EXO 33:9 Nenpòt lè Moïse te antre nan tant lan, pilye a nwaj la te konn desann e kanpe nan antre tant lan; epi SENYÈ a ta pale avèk Moïse.
EXO 33:10 Lè tout pèp la te wè pilye a nwaj la ki te kanpe nan antre tant lan, tout pèp la te leve adore, chak moun depi nan antre a tant pa li a.
EXO 33:11 Konsa SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.
EXO 33:12 Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, ‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’
EXO 33:13 Alò, pou sa, mwen priye Ou, si mwen twouve favè nan zye Ou, kite mwen konnen chemen pa Ou yo, pou m kapab konnen Ou, pou m kab jwenn favè nan zye Ou. Konsidere tou, ke nasyon sila a se pèp pa Ou.”
EXO 33:14 Konsa, Li te di: “Prezans Mwen va ale avèk ou, e Mwen va bay ou repo.”
EXO 33:15 Epi Moïse te di Li: “Si prezans Ou p ap prale avèk nou, pa mennen nou monte isit la.
EXO 33:16 Paske kijan pèp sa ka konnen ke mwen te twouve favè nan zye Ou, mwen avèk pèp Ou a? Èske se pa lè ou ale avèk nou, ke nou, mwen menm avèk pèp Ou a, kapab distenge pami tout lòt pèp ki rete sou fas tè a?”
EXO 33:17 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen va osi fè bagay sa ke ou te pale a; paske ou twouve favè nan zye M, e Mwen konnen ou pa non Ou.”
EXO 33:18 Konsa, Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!”
EXO 33:19 Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”
EXO 33:20 Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, paske okenn moun pa ka wè M pou l viv!”
EXO 33:21 SENYÈ a te di: “Gade byen, gen yon plas bò kote Mwen. Ou va kanpe la sou wòch la.
EXO 33:22 Epi li va rive ke pandan glwa Mwen ap pase, Mwen va mete ou nan twou wòch la. E Mwen va kouvri ou avèk men M pou jiskaske M fin pase.
EXO 33:23 Alò, Mwen va retire men M, e ou va wè do Mwen, men figi M p ap vizib.”
EXO 34:1 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Taye pou kont ou de tablèt an wòch tankou sa nou te genyen yo. Mwen va ekri sou tablèt yo pawòl ki te sou lòt ke ou te kraze yo.
EXO 34:2 Alò, prepare ou pou maten an pou monte nan Mòn Sinaï, e prezante ou menm la devan Mwen, sou tèt mòn nan.
EXO 34:3 Nanpwen pèsòn ki pou monte avèk ou, ni pa kite pèsòn vizib nan okenn andwa sou mòn nan. Menm bann mouton yo ak twoupo yo p ap pou manje devan mòn sa a.”
EXO 34:4 Konsa, Moïse te koupe de tablèt an wòch tankou sa ki te fèt avan yo. Li te leve granmmaten pou monte sou Mòn Sinaï a, jan SENYÈ a te kòmande li a. Li te pran de tablo an wòch yo nan men l.
EXO 34:5 SENYÈ a te desann nan nyaj la, e Li te kanpe la avèk li pandan li t ap rele non SENYÈ a.
EXO 34:6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a;
EXO 34:7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”
EXO 34:8 Moïse te fè vit bese ba jis atè pou adore.
EXO 34:9 Li te di: “Si koulye a mwen twouve favè nan zye Ou, O Senyè a, mwen priye, kite Senyè a ale ansanm nan mitan nou, malgre pèp la se tèt di. Padone inikite nou, peche nou, e pran nou kòm pwòp posesyon pa Ou.”
EXO 34:10 Alò, Bondye te di: “Gade byen, Mwen va fè yon akò. Devan tout pèp ou a Mwen va fè mirak ki pa t janm fèt nan tout tè a ni pami okenn nan nasyon yo. Epi tout pèp pami sila nou ap viv yo, va wè zèv a SENYÈ a, paske se yon bagay etonan ke Mwen va fè ak ou a.
EXO 34:11 “Fè sèten ke ou obsève sa ke Mwen kòmande ou nan jou sa a. Gade byen, Mwen va chase devan ou Amoreyen yo, Kananeyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evetyen yo, ak Jebizyen yo.
EXO 34:12 Veye nou, pou nou pa fè okenn akò avèk sa yo k ap viv nan peyi kote nou prale a, oswa sa va devni yo pèlen nan mitan nou.
EXO 34:13 “Men, olye de sa nou va dechire lotèl pa yo, kraze pilye sakre pa yo e koupe jete Asherim yo.
EXO 34:14 Paske nou pa pou adore okenn lòt dye, paske SENYÈ a, ak yon non ke yo rele Jalou, se yon Dye ki jalou.
EXO 34:15 “Pa fè yon akò avèk abitan yo nan peyi a, sòf ke yo ta jwe yon wòl kòm pwostitiye avèk dye pa yo, fè sakrifis a dye pa yo, e yon moun ta kab envite nou pou nou manje nan sakrifis li.
EXO 34:16 Epi pou nou ta vin pran nan fi pa yo pou fis nou yo, e fi pa yo ta kab fè pwostitiye avèk dye pa yo, e vin lakoz ke fis nou yo osi fè pwostitiye avèk dye pa yo.
EXO 34:17 “Nou p ap fè pou tèt nou okenn dye ki fonn.
EXO 34:18 “Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, jan Mwen te kòmande nou an, nan lè dezinye a, nan mwa Abib la, paske nan mwa Abib la nou te sòti an Égypte.
EXO 34:19 “Premye pòtre ki sòti nan tout vant se pou Mwen, e nan tout bèt mal ou yo, menm premye pòtre nan bèf yo ak mouton yo.
EXO 34:20 Ou va ransone avèk yon jenn mouton premye pòtre a yon bourik; epi si ou pa ransone li, alò, ou va kase kou li. Ou va ransone tout premye ne nan fis nou yo. Pèsòn pa pou parèt devan M men vid.
EXO 34:21 Ou va travay pandan sis jou, men nan setyèm jou a ou va repoze. Menm pandan sezon laboure tè ak rekòlt la ou va repoze.
EXO 34:22 “Ou va selebre fèt Semèn yo. Sa vle di premye fwi ki sòti nan rekòlt ble a, ak fèt Rekòlt la, nan fen ane a.
EXO 34:23 Twa fwa pa ane tout mal nou yo va parèt devan Senyè BONDYE a, Bondye Israël la.
EXO 34:24 Paske Mwen va chase nasyon yo devan ou, e fè agrandi limit fwontyè ou yo. Pèsòn p ap fè lanvi sou peyi ou lè w ap monte twa fwa pa ane pou parèt devan SENYÈ a, Bondye ou a.
EXO 34:25 “Ou p ap ofri san sakrifis Mwen yo avèk pen leve, ni kite sakrifis ki pou fèt Pak la rete jis rive nan maten.
EXO 34:26 “Ou va pote premye nan premye fwi tè ou yo pou l antre lakay SENYÈ a, Bondye ou a. Ou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.”
EXO 34:27 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ekri mo sa yo. Paske an akò avèk mo sa yo, Mwen te fè yon akò avèk ou, e avèk Israël.”
EXO 34:28 Li te la avèk SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit. Li pa t manje pen, ni bwè dlo. Konsa, li te ekri sou tablo yo avèk pawòl akò yo, dis kòmandman yo.
EXO 34:29 Lè Moïse t ap desann Mòn Sinaï a, avèk de tablo temwayaj yo nan men Moïse lè li t ap desann mòn nan, Moïse pa t konnen ke po figi li te briye akoz li t ap pale avèk Senyè a.
EXO 34:30 Pou sa, lè Aaron avèk tout fis Israël yo te wè Moïse, byen gade, po figi li t ap briye, e yo te pè pwoche li.
EXO 34:31 Epi Moïse te rele yo avèk Aaron. Tout dirijan kongregasyon yo te retounen kote li. Konsa, Moïse te pale avèk yo.
EXO 34:32 Apre sa a, tout fis Israël yo te pwoche, e li te bay yo tout kòmandman yo ke SENYÈ a te pale ak li nan Mòn Sinaï a.
EXO 34:33 Lè Moïse te fin pale avèk yo, li te mete yon vwal sou figi li.
EXO 34:34 Men nenpòt lè Moïse te antre devan SENYÈ a pou pale avèk Li, li te retire vwal la pou jis lè li te sòti. Epi nenpòt lè li te vin sòti, li te pale avèk fis Israël yo sa ke Senyè a te kòmande yo.
EXO 34:35 Fis Israël yo te wè figi Moïse, ke po figi li t ap briye. Alò, Moïse te remete vwal la sou figi li jis lè li te vin antre pou pale avèk SENYÈ a.
EXO 35:1 Alò, Moïse te reyini tout kongregasyon a fis Israël yo. Li te di yo: “Se bagay sa yo ke SENYÈ a te kòmande nou fè:
EXO 35:2 Pandan sis jou nou mèt travay, men nan setyèm jou a, nou va gen yon jou sen, yon repo Saba konplè a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè travay nan li va vin mete a lanmò.
EXO 35:3 Nou pa pou limen dife nan okenn lojman nou nan jou Saba a.”
EXO 35:4 Moïse te pale ak tout kongregasyon fis Israël yo. Li te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande a, e te di:
EXO 35:5 ‘Pran pami nou yon ofrann pou SENYÈ a. Nenpòt moun ki gen kè bòn volonte, kite li pote kòm ofrann bay SENYÈ a: lò, ajan, ak bwonz,
EXO 35:6 twal ble, mov ak wouj, twal fen blan, pwal kabrit,
EXO 35:7 ak po belye fonse wouj, e po dofen avèk bwa akasya,
EXO 35:8 avèk lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon an e pou lansan santi bon an,
EXO 35:9 epi pyè oniks avèk pyè monti pou efòd la, e pou pyès lestomak la.
EXO 35:10 “‘Kite chak nonm ki gen kapasite pami nou vin fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo:
EXO 35:11 tabènak la, tant li ak kouvèti li, kwòk li yo, planch li yo, poto li yo, pilye li yo, ak baz reseptikal li yo;
EXO 35:12 lach la avèk poto pa li, chèz pwopyatwa a, ak rido vwal la;
EXO 35:13 tab la avèk poto pa li, tout bagay itil yo, ak pen Prezans lan;
EXO 35:14 chandelye a osi avèk limyè li ak lwil pou limyè a;
EXO 35:15 epi lotèl lansan an ak poto pa li, lwil onksyon an avèk lansan santi bon an, ak rido pòtay nan antre tabènak la;
EXO 35:16 lotèl ofrann brile a avèk griyaj li, poto li, ak tout bagay itil li yo, basen, avèk baz li;
EXO 35:17 episa k ap pann sou galeri yo, avèk pilye li yo, baz reseptikal yo, ak rido pòtay la;
EXO 35:18 pikèt tabènak yo avèk pikèt galeri yo, ak kòd pa yo;
EXO 35:19 vètman tise yo pou sèvi nan lye sen an, vètman sen yo pou Aaron, prèt la, ak vètman a fis li yo pou yo sèvi kòm prèt.’”
EXO 35:20 Konsa, tout kongregasyon a fis Israël yo te pati kite prezans Moïse.
EXO 35:21 Tout sa yo ki te mennen pa kè yo, tout sa yo ki te mennen pa pwòp lespri pa yo te vin pote ofrann pou zèv a tant reyinyon an, pou sèvis li, e pou vètman sen li yo.
EXO 35:22 Epi tout sa yo ki te mennen pa bòn volonte kè yo, ni gason ni fanm, te vin pote bijou monte, bwòch, zanno, bag, braslè, avèk tout kalite bagay fèt an lò. Se konsa chak moun ki te prezante yon ofrann an lò bay SENYÈ a te fè.
EXO 35:23 Chak moun, ki te gen nan posesyon li twal ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan ak pwal kabrit, po belye fonse wouj, ak po dofen, te pote yo.
EXO 35:24 Tout moun ki te kab fè yon ofrann lò ak bwonz te pote pòsyon ofrann SENYÈ a; epi chak moun ki te posede bwa akasya pou nenpòt travay nan sèvis la te pote li.
EXO 35:25 Tout fanm ki te abil, te file fil pou twal avèk men yo, e te pote sa ke yo te file yo, materyo ble avèk mov, wouj, ak len byen fen.
EXO 35:26 Tout fanm avèk kè bòn volonte, ansanm ak yon kapasite te file pwal kabrit yo.
EXO 35:27 Mèt dirijan yo te pote pyè bijou oniks, pyè bijou pou monte gwo efòd la ak pou pyès lestomak la;
EXO 35:28 epi epis avèk lwil pou limyè a, pou lwil onksyon an, e pou lansan santi bon an.
EXO 35:29 Izrayelit yo, tout mesye yo ni fanm ki te gen yon kè ki mennen yo pote nenpòt materyo pou èv, ke SENYÈ a pa Moïse te kòmande yo fè a, te pote yon ofrann bòn volonte bay SENYÈ a.
EXO 35:30 Alò, Moïse te di a fis Israël yo: “Ou wè sa, SENYÈ a te rele Betsaléel, fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a.
EXO 35:31 Epi li te ranpli li avèk lespri Bondye a, nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo;
EXO 35:32 pou fè desen pou travay an lò ak ajan ak bwonz,
EXO 35:33 anplis nan koupe pyè bijou yo pou monti yo, e pou desen ki fèt an bwa ak tout kalite èv lespri moun.
EXO 35:34 “Li osi te dedye kè l pou enstwi ni li menm, ni Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan.
EXO 35:35 Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blan, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”
EXO 36:1 “Koulye a, Betsaléel, Oholiab, ak chak mèt atizan nan sila SENYÈ a te mete kapasite avèk konprann pou konnen jan pou fè tout travay yo pou konstwi sanktyè a, va aji an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo.”
EXO 36:2 Konsa, Moïse te rele Betsaléel avèk Oholiab e chak mèt kapasite nan sila SENYÈ a te mete konesans, chak moun ki te mennen pa kè li pou vin nan travay la pou fè li.
EXO 36:3 Yo te resevwa de Moïse tout don ke fis Israël yo te pote pou fè travay la nan konstwi sanktyè a. Konsa, yo te toujou kontinye pote ofrann bòn volonte yo chak maten.
EXO 36:4 Epi tout mesye avèk kapasite ki t ap fè tout travay nan sanktyè a te vini. Pou sa a, yo chak te sòti nan travay ke yo t ap fè,
EXO 36:5 pou yo te di a Moïse: “Pèp la ap pote bokou plis ke ase pou èv konstriksyon ke SENYÈ a te kòmande nou fè a.”
EXO 36:6 Alò, Moïse te pase yon lòd. Pou sa yo te fè yon pwoklamasyon sikile toupatou nan kan an. Li te di: “Pa kite pèsòn, ni gason ni fanm travay ankò pou fè don pou sanktyè a.” Konsa pèp la te ralanti pou yo pa pote ankò.
EXO 36:7 Paske materyo ke yo te genyen an te sifi, e plis ke sifi pou tout èv la, pou te fin konplete li.
EXO 36:8 Tout mesye avèk kapasite yo pami sa yo ki t ap fè travay la te fè tabènak la avèk dis rido twal fen blan, byen tòde, materyo ble, mov, e wouj. Yo te fè yo avèk cheriben yo, èv a yon mèt ouvriye. Se Betsaléel ki te fè yo.
EXO 36:9 Longè a chak rido se te ventwit koude, e lajè a chak rido, kat koude; tout rido yo te gen menm mezi.
EXO 36:10 Li te jwenn senk rido yo youn ak lòt, e lòt senk rido yo, li te jwenn yo youn ak lòt.
EXO 36:11 Li te fè lasèt yo nan koulè ble sou kote rido a pa deyò nan premye ansanm nan; epi li te fè menm jan an sou kote rido ki te pa deyò nan dezyèm ansanm nan.
EXO 36:12 Li te fè senkant lasèt nan premye rido a, e li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te nan dezyèm ansanm nan; lasèt yo te opoze youn ak lòt.
EXO 36:13 Li te fè senkant kwòk an lò, e li te jwenn rido yo ansanm avèk kwòk yo pou tabènak la fè yon sèl pyès.
EXO 36:14 Li te fè rido yo avèk pwal kabrit pou sèvi kòm yon tant sou tabènak la. Li te fè onz rido antou.
EXO 36:15 Longè chak rido se te trant koude e lajè a chak rido te kat koude Tout nan onz rido yo te gen menm mezi.
EXO 36:16 Li te jwenn senk rido yo poukont yo, e lòt sis yo poukont yo.
EXO 36:17 Anplis, li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te plis pa deyò nan premye ansanm nan, e li te fè senkant lasèt sou kote nan rido ki te plis deyò nan dezyèm ansanm nan.
EXO 36:18 Li te fè senkant kwòk an bwonz pou jwenn tant lan ansanm pou li ta kapab fè yon sèl.
EXO 36:19 Li te fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye fonse wouj, ak yon kouvèti avèk po vach lanmè pa anlè.
EXO 36:20 Epi li te fè planch pou tabènak la avèk bwa akasya ki kanpe dwat.
EXO 36:21 Dis koude te longè a chak planch, e yon koude-edmi se te lajè a chak planch.
EXO 36:22 Te gen de tenon pou chak planch, yo te jwenn youn ak lòt. Se te konsa li te fè pou tout planch yo nan tabènak la.
EXO 36:23 Li te fè planch yo pou tabènak la: ven planch pou kote sid la.
EXO 36:24 Epi li te fè karant baz reseptikal an ajan anba ven planch yo: de baz reseptikal anba yon planch pou de tenon pa li, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de tenon pa li.
EXO 36:25 Konsa, pou dezyèm kote nan tabènak la, nan fas nò a, li te fè ven planch yo,
EXO 36:26 ak karant baz reseptikal pa yo an ajan; de baz reseptikal anba yon planch, e de baz reseptikal anba yon lòt planch.
EXO 36:27 Pou dèyè tabènak la, nan lwès, li te fè sis planch.
EXO 36:28 Li te fè de planch pou kwen yo nan tabènak la pa dèyè.
EXO 36:29 Yo te double anba, e ansanm yo te fin rive nèt nan tèt li, jis rive nan premye wondèl la. Se konsa li te fè avèk toude pou de kwen yo.
EXO 36:30 Te gen uit planch avèk baz reseptikal yo an ajan, sèz baz reseptikal, de anba chak planch.
EXO 36:31 Epi li te fè travès yo an bwa akasya, senk pou planch yo pou yon kote tabènak la,
EXO 36:32 epi senk travès pou lòt kote nan tabènak la, e senk travès pou planch yo nan tabènak la sou kote pa dèyè vè lwès.
EXO 36:33 Li te fè travès mitan an pase nan mitan a planch yo soti nan yon pwent a lòt pwent lan.
EXO 36:34 Li te kouvri planch yo avèk yon kouch lò. Li te fè wondèl pa yo avèk lò kòm soutyen pou travès yo, e li te kouvri travès yo avèk yon kouch lò.
EXO 36:35 Anplis li te fè vwal la avèk materyo ble, mov, wouj, ak twal fen blan byen tòde, avèk cheriben yo; èv a yon mèt ouvriye.
EXO 36:36 Li te fè kat pilye yo an akasya pou li, e li te kouvri l avèk yon kouch lò. Kwòk yo te fèt an lò. Li te fonde kat baz reseptikal an ajan pou yo.
EXO 36:37 Li te fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, ak wouj, e twal fen blan byen tòde, travay a yon tiseran;
EXO 36:38 epi li te fè senk pilye li yo avèk kwòk pa yo, e li te kouvri tèt yo avèk bann seraj avèk lò; epi senk baz reseptikal yo te an bwonz.
EXO 37:1 Alò Betsaléel te fè lach la an bwa akasya. Longè li se te de koude edmi, e lajè li se te yon koude edmi.
EXO 37:2 Li te kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò, e li te fè yon bòdi an lò pou antoure l.
EXO 37:3 Li te fonde kat wondèl yo an lò sou kat pye li yo; de wondèl menm sou yon bò, e de wondèl sou lòt bò li.
EXO 37:4 Li te fè poto yo an bwa akasya, e li te kouvri yo avèk yon kouch lò.
EXO 37:5 Li te pase poto yo nan wondèl yo ki te tache sou kote lach la pou pote li.
EXO 37:6 Li te fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi; de koude edmi nan longè, e yon koude edmi nan lajè.
EXO 37:7 Li te fè de cheriben yo avèk lò. Li te fè yo nan de pwent a chèz pwopyatwa yo;
EXO 37:8 yon cheriben nan yon pwent, e yon cheriben nan lòt pwent lan. Li te fè cheriben yo kòm yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a nan de pwent yo.
EXO 37:9 Cheriben yo te gen zèl yo ouvri pa anlè, e yo te kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, avèk figi pa yo youn anvè lòt. Figi Cheriben yo te anvè chèz pwopyatwa a.
EXO 37:10 Alò, li te fè tab la avèk bwa akasya. Longè li te de koude, lajè li te yon koude, e yon koude edmi nan wotè.
EXO 37:11 Li te kouvri avèk yon kouch lò, e li te fè yon bòdi an lò toutotou li.
EXO 37:12 Li te fè yon rebò pou li, lajè a yon epann (yon men byen ouvri), ki antoure l nèt, e li te fè yon bòdi lò ki te antoure tab la.
EXO 37:13 Li te fonde kat wondèl an lò pou li tab la, e li te mete wondèl yo nan kat kwen ki te sou kat pye li yo.
EXO 37:14 Byen pre rebò a se te wondèl yo, soutyen pou poto yo pou pote tab la.
EXO 37:15 Li te fè poto yo avèk bwa akasya. Li te kouvri yo avèk yon kouch lò, pou pote tab la.
EXO 37:16 Li te fè bagay itil yo ki te sou tab la, asyèt avèk kiyè, bòl, ak krich yo pou vide ofrann bwason yo avèk lò pi a.
EXO 37:17 Epi li te fè chandelye a avèk lò pi. Li te fè chandelye a, avèk lò ki bat. Baz ak tij li, tas li yo, boujon avèk flè yo te fèt nan yon sèl pyès, ansanm avèk li.
EXO 37:18 Te gen sis branch ki te sòti bò kote li yo; twa branch chandelye yo nan yon bò li, e twa branch chandelye nan lòt bò li;
EXO 37:19 twa tas fòme tankou flè zanmann, yon boujon, yon flè nan yon branch, ak twa tas ki fòme tankou flè zanmann nan lòt tij, yon boujon avèk yon flè—menm jan an nan sis branch ki sòti nan chandelye yo.
EXO 37:20 Nan chandelye a te gen kat tas ki fòme tankou flè zanmann, boujon li yo, ak flè li yo;
EXO 37:21 epi yon boujon te anba premye pè branch li yo ki sòti nan li, e yon boujon anba dezyèm pè branch li yo ki sòti nan li, jis pou sis branch yo ki sòti nan chandelye a.
EXO 37:22 Boujon yo, ak branch yo te yon sèl pyès avèk li; se te yon sèl pyès an lò ki bat.
EXO 37:23 Li te fè sèt lanp li yo avèk etoufè yo, ak vaz pou sann yo avèk lò pi.
EXO 37:24 Li te fè li e tout bagay itil li yo avèk yon talan (swasann kenz liv) lò pi.
EXO 37:25 Epi li te fè lotèl lansan an avèk bwa akasya: yon koude nan longè, yon koude nan lajè, kare, ak de koude nan wotè. Kòn li te yon sèl pyès avèk li.
EXO 37:26 Li te kouvri li nèt avèk lò pi, tèt li e tout kote li yo, tou antoure, ak kòn li yo. Konsa, li te fè yon bòdi lò antoure li nèt.
EXO 37:27 Li te fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li, sou de kote ki opoze yo kòm soutyen pou poto ki t ap pote l yo.
EXO 37:28 Li te fè poto yo an bwa akasya e li te kouvri yo avèk yon kouch lò.
EXO 37:29 Epi li te fè lwil sen pou onksyone a, ak lansan santi bon an avèk epis yo, èv a yon mèt ouvriye ki konn fè melanj pafen.
EXO 38:1 Alò, li te fè lotèl ofrann brile a avèk bwa akasya, senk koude nan longè, senk koude nan lajè, kare, ak twa koude nan wotè.
EXO 38:2 Li te fè kòn li sou kat kwen yo. Kòn li yo te yon sèl pyès avèk li, e li te kouvri li avèk bwonz.
EXO 38:3 Li te fè tout bagay itil yo pou lotèl la, bokit yo avèk pèl yo, basen yo, kwòk vyann yo, ak plato pou resevwa sann yo. Li te fè tout bagay itil yo an bwonz.
EXO 38:4 Li te fè pou lotèl la yon sistèm griyaj an bwonz, anba rebò nan distans pou rive mwatye de wotè l.
EXO 38:5 Li te fonde kat wondèl yo sou kat kote nan griyaj an bwonz yo kòm soutyen pou poto yo.
EXO 38:6 Li te fè poto yo avèk bwa akasya, e li te kouvri yo avèk yon kouch an bwonz.
EXO 38:7 Li te antre poto yo nan wondèl sou kote lotèl la. Se avèk yo li te pote l. Fòm li te vid, fòme avèk planch yo.
EXO 38:8 Anplis, li te fè basen lave a avèk bwonz avèk yon baz an bwonz, ki te sòti nan miwa fanm sèvant yo ki t ap sèvi nan pòtay tant reyinyon an.
EXO 38:9 Alò li te fè galeri a: pou kote sid la, afè pandye yo te fèt avèk twal fen blan byen tòde, san koude nan longè,
EXO 38:10 avèk ven pilye li yo, ak baz reseptikal fèt an bwonz yo, avèk ven kwòk pilye yo avèk bann seraj an ajan yo.
EXO 38:11 Pou kote nò a te gen san koude yo; ven pilye li yo avèk ven baz reseptikal an bwonz yo, epi kwòk pou pilye yo avèk bann seraj pa yo te an ajan.
EXO 38:12 Pou kote lwès la te gen afè pandye pou senkant koude yo avèk dis pilye pa yo e bann seraj yo te an ajan.
EXO 38:13 Pou kote lès la, senkant koude yo.
EXO 38:14 Afè pandye yo pou yon kote pòtay la te kenz koude, avèk twa pilye pa yo e twa baz reseptikal pa yo;
EXO 38:15 epi menm jan an pou lòt kote a. Sou toude kote pòtay yo te gen afè pandye de kenz koude, avèk twa pilye pa yo ak twa baz reseptikal pa yo.
EXO 38:16 Tout afè pandye nan galeri yo toutotou te avèk twal fen blan byen tòde.
EXO 38:17 Baz reseptikal pou pilye ki te an bwonz yo, kwòk pou pilye yo ak bann seraj an ajan yo; epi yon kouch lò ki te kouvri pwent tèt yo. Tout pilye galeri yo te founi avèk bann seraj an ajan yo.
EXO 38:18 Rido pòtay la te èv a tiseran an, avèk materyo ble, mov, wouj, ak twal fen blan byen tòde. Epi longè a se te ven koude e wotè a te senk koude, ki te koresponn ak afè pandye nan galeri yo.
EXO 38:19 Kat pilye pa yo avèk baz reseptikal pa yo a te an bwonz; kwòk pa yo a te an ajan.
EXO 38:20 Tout pikèt yo pou tabènak la avèk galeri a toutotou a te an bwonz.
EXO 38:21 Sa se kantite a bagay ki te pou tabènak yo, tabènak temwayaj la, jan yo te nimewote selon lòd a Moïse, pou sèvis Levit yo, ekri pa men a Ithamar, fis Aaron an, prèt la.
EXO 38:22 Alò, Betsaléel fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a, te fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.
EXO 38:23 Avèk li te gen Oholiab, fis a Ahisamac la, nan tribi Dan nan, yon gravè, yon mèt ouvriye, yon tiseran an materyo ble, mov, wouj, ak osi an twal fen blan.
EXO 38:24 Epi tout lò ki te sèvi nan èv la, nan tout travay sanktyè a, menm lò pou ofrann balanse anlè a te ventnèf talan e sèt-san-trant sik selon sik sanktyè a.
EXO 38:25 Ajan a sa yo ki te nan kongregasyon an te gen kantite san talan e mil sèt san swasann kenz sik selon sik sanktyè a;
EXO 38:26 yon beka pa chak tèt (sa vle di, mwatye sik, selon sik sanktyè a), pou chak moun nan sa ki te gen nimewo yo, soti nan laj ventan, e plis pou sis-san-mil-senk-san-senkant mesye.
EXO 38:27 San talan ajan yo te pou fonde baz reseptikal sanktyè yo, ak baz reseptikal pou vwal yo; san baz reseptikal yo pou san talan, yon talan pa baz reseptikal.
EXO 38:28 Nan mil sèt san swasant kenz sik yo, li te fè kwòk pou pilye yo, li te kouvri tèt yo, e li te fè bann seraj pou yo.
EXO 38:29 Bwonz pou ofrann balanse anlè a te swasann-dis talan e de-mil-senk-san sik.
EXO 38:30 Avèk li, li te fè baz reseptikal yo pou pòtay tant reyinyon an, lotèl bwonz lan avèk griyaj an bwonz li, ak tout bagay itil pou lotèl yo,
EXO 38:31 epi baz reseptikal yo pou galeri a, tout pikèt a tabènak yo ak tout pikèt pou galeri yo toutotou.
EXO 39:1 Anplis, avèk materyo ble, mov, e wouj, yo te fè vètman tise byen fen pou fè sèvis nan lye sen an, menm jan avèk vètman sen ki te pou Aaron yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 39:2 Li te fè efòd la avèk lò, epi nan materyo ble, mov, e wouj avèk twal fen blan.
EXO 39:3 Alò, yo te bat mòso plat an lò yo, yo te koupe yo fè fil fen pou trese nan materyo ble a, mov la, wouj la e twal fen blan an, èv a yon mèt ouvriye.
EXO 39:4 Yo te fè pyès zepòl yo pou atache nan efòd la; li te tache nan de pwent anwo li yo.
EXO 39:5 Bann ki te sou li a, ki te tise byen fen, te fèt menm jan tankou li avèk menm materyo yo: an lò avèk ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde, jis jan ke Bondye te kòmande Moïse la.
EXO 39:6 Yo te fè pyè oniks yo, plase nan monti desine byen fen yo; yo te grave tankou gravi a yon so, selon non a fis Israël yo.
EXO 39:7 Konsa, li te plase yo sou pyès zepòl nan efòd la, tankou pyè pou sonje fis a Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 39:8 Li te fè pyès lestomak la, zèv a yon mèt ouvriye, tankou travay la fèt nan efòd la: avèk materyo an lò, an ble, an mov, e an wouj avèk twal fen blan byen tòde.
EXO 39:9 Li te kare. Yo te fè pyès lestomak la plwaye doub, longè a yon epann, e yon epann nan lajè lè li plwaye doub.
EXO 39:10 Yo te monte kat ranje pyè presye sou li. Premye ranje a te yon ranje avèk woubi, topaz, avèk emwod.
EXO 39:11 Nan dezyèm ranje a te gen yon tikwaz, yon safi, ak yon dyaman;
EXO 39:12 epi nan twazyèm ranje a yon jasent, yon agat, ak yon ametis;
EXO 39:13 epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp. Yo te plase yo nan monti lò byen fen lè yo te monte.
EXO 39:14 Pyè presye yo te koresponn ak non a fis Israël yo. Yo te douz, e yo te koresponn a non yo, grave avèk gravi a yon so, yo chak avèk non yo pou douz tribi yo.
EXO 39:15 Yo te fèt sou chenn pyès lestomak la tankou kòd ki te kòd tòde yo, lèv ki fèt an lò pi.
EXO 39:16 Yo te fè de monti yo byen fen an lò ak de wondèl lò yo, epi te plase wondèl yo nan de pwent pyès lestomak la.
EXO 39:17 Alò yo te mete de kòd lò yo nan de monti de wondèl lò yo nan pwent ki pou pyès lestomak la.
EXO 39:18 Yo te mete lòt de pwent yo nan de kòd yo avèk de monti yo fèt byen fen, e yo te mete yo sou pyès zepòl yo nan efòd la pa devan li.
EXO 39:19 Yo te fè de wondèl yo an lò e yo te plase yo nan de pwent nan pyès lestomak la sou kote pa anndan ki toupre efòd la.
EXO 39:20 Anplis, yo te fè de wondèl lò yo e yo te plase yo nan pati anba pyès zepòl yo nan efòd la, pa devan li, toupre plas ke li te jwenn nan, anlè bann tise nan efòd la.
EXO 39:21 Yo te mare pyès lestomak la avèk wondèl li yo ak wondèl ki te pou efòd la avèk kòd ble, pou li te sou bann tise a nan efòd la, e pou pyès lestomak la pa t vin lage nan efòd la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 39:22 Alò li te fè abiman efòd la tankou yon èv tise, tout an ble;
EXO 39:23 epi ouvèti abiman an te anwo nan mitan, tankou ouvèti ki nan yon pwotèj lagè avèk yon woulèt ki antoure l pou l pa vin chire.
EXO 39:24 Yo te fè grenad avèk materyo ble, mov, wouj ak twal fen blan byen tòde nan woulèt abiman an.
EXO 39:25 Yo te osi fè klòch avèk lò pi, e yo te plase klòch yo antre grenad yo toutotou woulèt abiman an,
EXO 39:26 ki te toujou youn aprè lòt, yon klòch, ak yon grenad toutotou sou woulèt abiman sèvis la, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 39:27 Yo te fè tinik ki te tise an twal fen blan an pou Aaron, ak fis li yo,
EXO 39:28 epi tiban avèk len fen an ak chapo an twal fen blan yo, e pantalon an twal fen blan byen tòde yo,
EXO 39:29 epi sentiwon avèk twal fen blan an ak materyo ble, mov, e wouj, travay a yon tiseran, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 39:30 Yo te fè plak pou kouwòn sen an avèk lò pi, e yo te enskri nan li tankou gravè a yon so: “Sen a SENYÈ a”.
EXO 39:31 Yo te tache kòd ble a ak li pou tache li nan tiban an pa anwo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 39:32 Konsa tout travay a tabènak tant reyinyon an te konplete; epi fis Israël yo te fè tout bagay selon sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la; konsa yo te fè l.
EXO 39:33 Yo te mennen tabènak la vè Moïse, tant lan avèk tout sa ki te founi li yo: kwòk li yo, planch li yo, travès li yo, ak pilye li yo avèk baz reseptikal li yo;
EXO 39:34 epi kouvèti po belye fonse wouj yo, kouvèti po dofen yo, ak vwal rido pòtay la;
EXO 39:35 lach a temwayaj la avèk poto li yo, ak chèz pwopyatwa a;
EXO 39:36 tab la, tout bagay itil li yo, ak pen a Prezans lan;
EXO 39:37 chandelye fèt an lò pi a, avèk aranjman pou lanp yo ak tout bagay itil li yo, ak lwil pou limyè a;
EXO 39:38 epi lotèl fèt an lò a, lwil onksyon an, lansan santi bon an, ak vwal pou pòtay tant lan;
EXO 39:39 lotèl an bwonz lan ak griyaj bwonz pa li, avèk poto pa li yo ak tout bagay itil li yo, basen lave a avèk baz li;
EXO 39:40 afè pandye yo pou galeri a, pilye li yo, baz reseptikal li yo, rido pou pòtay galeri a, kòd li yo, pikèt li yo, ak tout afè pou sèvis tabènak la, pou tant reyinyon an;
EXO 39:41 vètman tise yo pou sèvis nan lye sen an, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman a fis pa li yo, pou fè sèvis kòm prèt.
EXO 39:42 Alò, fis Israël yo te fè tout travay la selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.
EXO 39:43 Epi Moïse te egzamine tout travay la, e gade byen, konsa yo te fè li; jis jan ke SENYÈ a te kòmande a, se sa yo te fè. Epi Moïse te beni yo.
EXO 40:1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
EXO 40:2 “Nan premye jou mwa a ou va monte tabènak tant reyinyon an.
EXO 40:3 Ou va plase lach temwayaj la, e ou va kouvri lach la avèk vwal la.
EXO 40:4 Ou va mennen tab la antre, e ou va ranje li avèk sa ki dwe sou li. Konsa, ou va mennen fè antre chandelye a, e limen lanp li yo.
EXO 40:5 “Anplis, ou va plase lotèl lò a pou lansan devan lach temwayaj la, e ou va monte vwal la pou pòtay tabènak tant reyinyon an.
EXO 40:6 “Ou va plase lotèl ofrann brile a devan pòtay a tabènak tant reyinyon an.
EXO 40:7 Ou va plase basen lave a antre tant reyinyon an ak lotèl la e ou va mete dlo nan li.
EXO 40:8 Ou va monte galeri a toutotou e ou va pann vwal la pou pòtay galeri a.
EXO 40:9 “Epi ou va pran lwil onksyon an e ou va onksyone tabènak la ak tout sa ki ladann. Konsa, ou va konsakre li avèk tout afè li yo, epi li va sen.
EXO 40:10 Ou va onksyone lotèl ofrann brile a ak tout bagay itil li yo, epi ou va konsakre lotèl la. Konsa, lotèl la va vin sen pase tout bagay.
EXO 40:11 Ou va onksyone basen lave a ak baz li, e ou va konsakre li.
EXO 40:12 “Konsa, ou va mennen Aaron ak fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e ou va lave yo avèk dlo.
EXO 40:13 Ou va mete vètman sen yo sou Aaron. Ou va onksyone Aaron, e konsakre li, pou li kapab vin sèvi kòm prèt Mwen.
EXO 40:14 Ou va mennen fis li yo pou mete tinik sou yo.
EXO 40:15 Konsa, ou va onksyone yo jis jan ke ou te onksyone papa yo, pou yo kapab vin sèvi kòm prèt pou Mwen. Onksyon pa yo va kalifye yo kòm prèt pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.”
EXO 40:16 Se konsa Moïse te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo, konsa li te fè.
EXO 40:17 Alò, nan premye mwa nan dezyèm ane a, nan premye jou mwa a, tabènak la te monte.
EXO 40:18 Moïse te monte tabènak la. Li te poze baz reseptikal li yo, li te monte planch li yo, li te pozisyone travès li yo, e li monte pilye li yo.
EXO 40:19 Li te louvri tant lan sou tabènak la e li te mete kouvèti tant lan anwo li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 40:20 Konsa, li te pran temwayaj la pou fè l antre nan lach la. Li te tache poto yo nan lach la, e li te mete chèz pwopyatwa a sou lach la.
EXO 40:21 Li te mennen lach la nan tabènak la, e li te monte yon vwal pou separe l. Li te separe lach temwayaj la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 40:22 Anplis li te mete tab la nan tant reyinyon an sou kote nò tabènak la, deyò vwal la.
EXO 40:23 Li te plase pen, byen ranje an lòd devan SENYÈ a jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 40:24 Alò, li te mete chandelye a nan tant reyinyon an, sou kote sid tabènak la.
EXO 40:25 Li te limen lanp yo devan SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 40:26 Epi li te plase lotèl lò a nan tant reyinyon an pa devan vwal la.
EXO 40:27 Li te brile lansan santi bon an sou li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 40:28 Alò, li te monte vwal pòtay tabènak la.
EXO 40:29 Li te plase lotèl ofrann brile a devan pòtay tabènak tant reyinyon an, e li te ofri sou li ofrann brile a ak ofrann sereyal la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 40:30 Li te plase basen lave a antre tant reyinyon an ak lotèl la, e li te mete dlo ladann pou lave.
EXO 40:31 Nan li, Moïse avèk Aaron avèk fis li yo te lave men yo avèk pye yo.
EXO 40:32 Lè yo te antre nan tant reyinyon an, e lè yo te apwoche lotèl la, yo te lave, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
EXO 40:33 Li te monte galeri a toutotou tabènak la ak lotèl la, e li te pandye vwal la pou pòtay galeri a. Konsa, Moïse te fin fè travay la.
EXO 40:34 Alò, nyaj la te kouvri tant reyinyon an, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la.
EXO 40:35 Moïse pa t kapab antre nan tant reyinyon an, paske nyaj la te poze sou li, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la.
EXO 40:36 Pandan tout vwayaj pa yo, nenpòt lè ke nyaj la te leve anwo sou tabènak la, fis Israël yo te leve sòti pou fè vwayaj;
EXO 40:37 men si nyaj la pa t leve, alò, yo pa t vwayaje jis rive jou ke li te leve a.
EXO 40:38 Paske pandan tout vwayaj yo, nyaj SENYÈ a te sou tabènak la nan lajounen, e li te gen dife ladann lannwit, devan zye a tout kay Israël la.
LEV 1:1 Alò, SENYÈ a te rele Moïse, e Li te pale avèk li depi nan tant asanble a. Li te di:
LEV 1:2 “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nenpòt moun nan nou pote yon ofrann bay SENYÈ a, nou va pote ofrann bèt ki sòti nan twoupo a, oswa nan bann mouton an.
LEV 1:3 “‘Si ofrann li an se yon ofrann brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li; yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a.
LEV 1:4 Li va poze men li sou tèt ofrann brile a, e ofrann la va aksepte pou li, pou fè ekspiyasyon pou li.
LEV 1:5 Li va touye jenn towo a devan SENYÈ a. Konsa, fis Aaron yo, ki se prèt yo, va ofri san an e flite li toutotou lotèl ki nan pòtay tant asanble a.
LEV 1:6 Li va, answit, kòche ofrann brile a e koupe li an mòso.
LEV 1:7 Fis Aaron yo, prèt la, va mete dife sou lotèl la e ranje bwa yo sou dife a.
LEV 1:8 Alò fis Aaron yo, prèt yo, va ranje mòso yo, tèt la avèk grès ren an sou bwa ki sou lotèl la.
LEV 1:9 Men zantray li yo avèk janm li yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va brile li nèt sou lotèl la kòm yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
LEV 1:10 “‘Men si ofrann li an sòti nan bann bèt la, mouton oswa kabrit kòm yon ofrann brile, li va ofri li yon mal, san defo.
LEV 1:11 Li va touye li sou kote nò lotèl la, devan SENYÈ a, epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toutotou lotèl la.
LEV 1:12 Li va, answit, koupe li an mòso, avèk tèt li ak grès ren li. Prèt la va ranje yo sou bwa ki sou dife ki sou lotèl la.
LEV 1:13 Men zantray li yo avèk janm yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va ofri tout nèt, e ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
LEV 1:14 “‘Men si ofrann li an bay SENYÈ a se yon ofrann brile fèt ak zwazo, alò, li va pote ofrann li an ak toutrèl oswa jèn ti pijon.
LEV 1:15 Prèt la va ofri li sou lotèl la, e tòde kou li pou ofri li nan lafimen sou lotèl la; konsa, san li va koule sou kote lotèl la.
LEV 1:16 Li va osi retire fal li avèk plim li yo e voye li sou kote lès lotèl la, nan plas sann yo.
LEV 1:17 Li va chire li pa zèl li, san fin separe l nèt. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la, sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous devan SENYÈ a.
LEV 2:1 “‘Alò, lè yon moun prezante yon ofrann sereyal la kòm ofrann bay SENYÈ a, ofrann li an va avèk farin fen. Li va vide lwil sou li e mete lansan sou li.
LEV 2:2 Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
LEV 2:3 Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann pa dife pou SENYÈ a.
LEV 2:4 “‘Alò, lè nou pote yon ofrann sereyal kwit nan yon fou, li va fèt avèk gato san ledven avèk farin fen melanje avèk lwil oubyen galèt san ledven ki kouvri avèk lwil.
LEV 2:5 Si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki fèt nan pwalon, li va fèt avèk farin fen, san ledven, melanje avèk lwil.
LEV 2:6 Ou va kase li an miyèt mòso e vide lwil sou li. Li se yon ofrann sereyal.
LEV 2:7 Alò si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki fèt nan yon chodyè, li va fèt avèk farin fen avèk lwil.
LEV 2:8 Ou va pote yon ofrann ki fèt avèk bagay sa yo bay SENYÈ a. Li va prezante a prèt la, e li va pote li devan lotèl la.
LEV 2:9 Alò, prèt la va pran nan ofrann sereyal la, pati komemoratif la, e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
LEV 2:10 Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann bay SENYÈ a pa dife yo.
LEV 2:11 “‘Okenn ofrann sereyal, ke nou pote devan SENYÈ a p ap fèt avèk ledven, paske nou pa pou lofri nan lafimen okenn ledven ni siwo myèl kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a.
LEV 2:12 Kòm ofrann premye fwi, nou va pote yo bay SENYÈ a, men yo p ap monte kòm ofrann santi dous sou lotèl la.
LEV 2:13 Chak ofrann sereyal de nou menm, anplis, nou va asezone li avèk sèl. Li fò ke sèl akò a Bondye nou an pa manke nan ofrann sereyal ou an. Avèk tout ofrann ou yo, ou va ofri sèl.
LEV 2:14 “‘Osi, si ou pote bay SENYÈ a, yon ofrann sereyal de bagay ofrann premye fwi yo, ou va pote tèt sereyal yo byen fre, boukannen nan dife, grenn moulen a rekòlt avan lè a, kòm ofrann sereyal de ofrann premye fwi yo.
LEV 2:15 Alò, ou va mete lwil sou li e poze lansan sou li; li se yon ofrann sereyal.
LEV 2:16 Prèt la va ofri nan lafimen pati pou tout moun sonje a, yon pati sereyal moulen ak lwil li, avèk tout lansan li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a.
LEV 3:1 “‘Alò, si ofrann li an se yon ofrann lapè, si li pral ofri sòti nan twoupo a, kit se mal, kit se femèl, li va ofri li san defo devan SENYÈ a.
LEV 3:2 Li va mete men li sou tèt ofrann li an, e touye li nan pòtay tant asanble a. Epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toupatou sou lotèl la.
LEV 3:3 Soti nan sakrifis ofrann lapè yo, li va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, avèk grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache a zantray yo,
LEV 3:4 epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire avèk ren yo.
LEV 3:5 Answit, fis Aaron yo va ofri li nan lafimen sou lotèl la sou ofrann brile ki sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
LEV 3:6 “‘Men si ofrann li an pou yon sakrifis ofrann lapè pou SENYÈ a, sòti nan bann bèt la, li va ofri li, mal oswa femèl san defo.
LEV 3:7 Si li pral ofri yon jenn mouton pou ofrann li an, alò, li va ofri li devan SENYÈ a.
LEV 3:8 Epi li va poze men li sou tèt ofrann li an e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la.
LEV 3:9 Soti nan ofrann sakrifis lapè a, li va pote kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a, grès li, tout grès ke li menm, moun nan va retire pre zo do a, ak grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo.
LEV 3:10 Epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gran bout fwa a, ke li va retire avèk ren yo.
LEV 3:11 Answit, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
LEV 3:12 “‘Anplis, si ofrann li an se yon kabrit, alò, li va ofri li devan SENYÈ a.
LEV 3:13 Li va poze men l sou tèt li e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la.
LEV 3:14 Soti nan li, li va prezante ofrann li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a; grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo,
LEV 3:15 ak de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo bout fwa a, ke li va retire avèk ren yo.
LEV 3:16 Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bagay ki santi dous; tout grès se pou SENYÈ a.
LEV 3:17 “‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”
LEV 4:1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 4:2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Si yon moun peche san movèz entansyon nan nenpòt bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè, e ki fèt pa nenpòt nan yo,
LEV 4:3 si prèt onksyon an fè peche e mennen koupabilite sou pèp la, alò, kite li ofri bay SENYÈ a yon towo san defo, kòm ofrann peche pou peche ke li te komèt la.
LEV 4:4 “‘Li va pote towo a nan pòtay tant asanble a devan SENYÈ a. Li va poze men l sou tèt towo a e touye li devan SENYÈ a.
LEV 4:5 Alò, prèt onksyone a dwe pran kèk nan san towo a pou pote li vè tant asanble a.
LEV 4:6 Konsa, prèt la va fonse dwèt li nan san an, e flite kèk nan san an sèt fwa devan SENYÈ a, devan vwal sanktyè a.
LEV 4:7 Prèt la va osi mete kèk nan san an sou kòn lotèl lansan santi bon an ki devan SENYÈ a nan tant asanble a, epi tout san towo a, li va vide li nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a.
LEV 4:8 Li va retire sou li tout grès towo ofrann peche a: grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo,
LEV 4:9 ak de ren avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire avèk ren yo,
LEV 4:10 (jis jan ke li retire nan bèf sakrifis ofrann lapè a), epi prèt la dwe ofri yo nan lafimen sou lotèl ofrann brile a.
LEV 4:11 Men po towo a ak tout chè li avèk tèt li, janm li yo, zantray li yo ak watè li,
LEV 4:12 ki se, tout rès towo a, li dwe pote li yon kote ki pwòp deyò kan an, kote sann dife vide, epi brile li sou bwa avèk dife a. Kote sann yo vide, se la li va brile.
LEV 4:13 “‘Alò, si tout asanble Israël la vin fè yon erè, e bagay la chape atansyon asanble a, epi yo komèt nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou yo pa fè, e yo vin koupab;
LEV 4:14 lè peche ke yo te komèt la, vin konnen, alò, asanble a va ofri yon towo nan twoupo a kòm yon ofrann peche, e yo va pote li devan tant asanble a.
LEV 4:15 Answit, ansyen nan asanble yo va poze men yo sou tèt towo a devan SENYÈ a, epi towo a va touye devan SENYÈ a.
LEV 4:16 Answit, prèt onksyone a dwe pote kèk nan san towo a nan tant asanble a.
LEV 4:17 Konsa, prèt la va fonse dwèt li nan san an e flite li sèt fwa devan SENYÈ a, devan vwal la.
LEV 4:18 Li va mete kèk nan san sou kòn lotèl ki devan SENYÈ a nan tant asanble a; epi rès san li va vide nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a.
LEV 4:19 Li va retire tout grès li ladann e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la.
LEV 4:20 Li va osi fè avèk towo a menm bagay li te fè avèk towo ofrann peche a; se konsa li va fè avè l. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou yo, e yo va vin padone.
LEV 4:21 Answit, li dwe pote towo a yon kote deyò kan an pou brile li jan li te brile premye towo a. Li se ofrann peche pou asanble a.
LEV 4:22 “‘Lè yon dirijan fè peche, e san movèz entansyon vin fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a, Bondye te kòmande pou li pa fè yo, e li vin koupab,
LEV 4:23 si peche ke li te fè a vin konnen a li menm, li va pote pou ofrann li, yon kabrit, yon mal san defo.
LEV 4:24 Li va poze men li sou tèt mal kabrit la e touye li nan plas kote yo touye ofrann brile devan SENYÈ a. Li se yon ofrann peche.
LEV 4:25 Answit, prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn lotèl pou ofrann brile a. Konsa, rès san li an, prèt la va vide nan baz lotèl ofrann brile a.
LEV 4:26 Tout grès li a, prèt la va ofri nan lafimen sou lotèl la menm jan an nan ka grès sakrifis ofrann lapè a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche pa li, e li va vin padone.
LEV 4:27 “‘Alò, si nenpòt moun pami pèp òdinè a peche san movèz entansyon nan fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, e li vin koupab,
LEV 4:28 si peche li a vin konnen a li menm, alò, li va pote pou ofrann pa li a, yon kabrit, yon femèl san defo, pou peche ke li te komèt la.
LEV 4:29 Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye ofrann peche a nan menm plas ofrann brile a.
LEV 4:30 Prèt la va pran kèk nan san li an avèk dwèt li, e li va mete li sou kòn lotèl ofrann brile a; epi tout rès san li an, prèt la va vide l nan baz lotèl la.
LEV 4:31 Answit, li va retire tout grès li, jis jan grès la te retire nan sakrifis ofrann lapè yo; epi prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la pou yon odè santi bon pou SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin padone.
LEV 4:32 “‘Men si li pote yon jenn mouton kòm ofrann li pou ofrann peche a, li va pote li, yon femèl san defo.
LEV 4:33 Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye li kòm yon ofrann peche nan plas kote yo touye ofrann brile a.
LEV 4:34 Prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn lotèl ofrann brile a, epi tout rès san li an, prèt la va vide li nan baz lotèl la.
LEV 4:35 Answit, li va retire tout grès li, menm jan grès jenn mouton an te retire nan sakrifis ofrann lapè yo, epi prèt la va ofri yo nan lafimen bay SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche li, sa ke li te komèt la, e li va vin padone.
LEV 5:1 “‘Alò, si yon moun peche lè l rele pou fè temwayaj tribinal kòn yon temwen, konsènan si li te wè oubyen otreman vin konnen yon bagay, si li pa pale sa, alò, li va pote koupabilite pa li.
LEV 5:2 “‘Oubyen, si yon moun touche nenpòt bagay ki pa pwòp, kit se yon kadav bèt pa pwòp, kit se yon kadav bèf ki pa pwòp, kit se kadav yon desen bèt vivan ki pa pwòp, malgre ke sa ta kache de li pou li pa konnen, e li pa pwòp, alò li va koupab.
LEV 5:3 Oubyen, si li ta touche afè moun ki pa pwòp, nenpòt sa li ye ki fè l vin pa pwòp la, epi sa kache de li, e answit, li vin konn sa, li va koupab.
LEV 5:4 Oubyen, si yon moun sèmante san reflechi avèk bouch li, kit se pou fè mal, kit se pou fè byen, nan nenpòt afè ke yon nonm ta pale san reflechi avèk yon sèman, epi sa kache de li, e answit li vin konn sa, li va koupab nan youn nan sa yo.
LEV 5:5 Se konsa li va ye lè li vin koupab nan youn nan sa yo, ke li va konfese nan sa ke li te fè peche a.
LEV 5:6 Li va osi pote ofrann koupabilite li a bay SENYÈ a pou peche ke li te komèt la: yon femèl ki sòti nan bann bèt la, yon jenn mouton, oswa yon kabrit kòm yon ofrann peche. Konsa prèt la va fè ekspyasyon nan non li pou peche li a.
LEV 5:7 “‘Men si li pa gen mwayen pou bay yon jenn mouton oswa kabrit, alò li va pote bay SENYÈ a kòm ofrann koupabilite pou peche ke li te komèt la, de toutrèl oswa de jenn pijon, youn pou yon ofrann peche a, e lòt la, pou yon ofrann brile.
LEV 5:8 Li va pote yo bay prèt la, ki va ofri, premyèman, sa ki pou ofrann peche a, e li va tranche tèt li pa devan kou a san ke li pa fin separe li nèt.
LEV 5:9 Li va osi flite kèk nan san ofrann peche a sou kote lotèl la, e rès san an va koule degoute nan baz lotèl la. Li se yon ofrann peche.
LEV 5:10 Dezyèm nan, li va, answit, prepare kòm yon ofrann brile selon òdonans lan. Epi prèt la va fè ekspiyasyon nan non li menm pou peche ke li te komèt la, e li va vin padone.
LEV 5:11 “‘Men si mwayen li pa sifi pou de toutrèl oswa de jenn pijon yo, alò pou ofrann li pou peche ke li te komèt la, li va pote yon dizyèm efa farin fen pou ofrann peche a. Li p ap mete lwil sou li ni mete lansan sou li, paske se yon ofrann peche.
LEV 5:12 Li va pote li bay prèt la, e prèt la va pran men plen de li kòm yon pati komemoratif, pou ofri li nan lafimen sou lotèl la, avèk ofrann bay SENYÈ a pa dife. Li se yon ofrann peche.
LEV 5:13 Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan peche ke li te komèt soti nan youn nan sila yo, e sa va padone li. Konsa, rès la va vin pou prèt la menm jan ak ofrann sereyal la.’”
LEV 5:14 Answit SENYÈ a te pale avèk Moïse e t ap di:
LEV 5:15 “Si yon moun pa fidèl, e peche san movèz entansyon kont bagay ki sen pou SENYÈ a, alò li va pote ofrann koupabilite li devan SENYÈ a; yon belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon valè an ajan de sik, an valè de sik sanktyè a kòm yon ofrann koupabilite.
LEV 5:16 Li va peye pou peche ke li te fè kont bagay sen an, e li va mete sou li yon senkyèm pati anplis pou pote bay prèt la. Prèt la, alò va fè ekspiyasyon pou li avèk belye a ofrann koupabilite a, e Li va padone.
LEV 5:17 “Alò, si yon moun peche e fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, malgre li pa t konnen sa, li toujou koupab e li va pote koupabilite li.
LEV 5:18 Li dwe, alò, pote bay prèt la yon belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite. Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan tò li ladann li te fè peche san movèz entansyon, e pa t konnen sa a, e li va padone.
LEV 5:19 Li se yon ofrann koupabilite. Sètènman, li koupab devan SENYÈ a.”
LEV 6:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 6:2 “Lè yon moun peche e aji avèk movèz fwa kont SENYÈ a, epi twonpe pwochen li an sou yon depo lajan oswa yon sekirite ke li te konfye bay li, oswa pa vòl, oubyen li te fè li pa vyòl konfyans,
LEV 6:3 oubyen, si l te twouve sa ki te pèdi a, te fè manti sou sa ak fo sèman, pouke li peche nan nenpòt nan bagay ke yon moun kapab fè yo;
LEV 6:4 alò li va rive, ke lè li peche e vin koupab, li va remèt sa ke li te pran pa vòl la, oubyen sa ke li te vin gen pa vyòl konfyans lan, oubyen depo ki te plase nan men li an, oubyen sa ki te pèdi ke li te twouve a,
LEV 6:5 oubyen, nenpòt de sa li te fè fo sèman an. Li va fè remèt li nèt e mete sou li yon senkyèm anplis. Li va bay li a sila li apatyen an, nan menm jou li prezante ofrann koupabilite li a.
LEV 6:6 Li va pote bay prèt la ofrann koupabilite li a, bay SENYÈ a, yon belye san defo ki soti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite.
LEV 6:7 Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a, e li va padone pou nenpòt nan bagay sa yo ke li te fè pou vin koupab.”
LEV 6:8 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse, e t ap di:
LEV 6:9 “Kòmande Aaron avèk fis li yo e di: ‘Sa se lalwa pou ofrann brile a: ofrann brile a li menm va retire nan fwaye lotèl la tout nwit lan jis rive nan maten, epi dife sou lotèl la va kontinye brile sou li.
LEV 6:10 Prèt la dwe abiye an vètman len fen pa li a, e li va mete sou vètman li touprè chè li. Konsa, li va pran sann dife yo nan ofrann brile a pou dife a ki vin redwi sou lotèl la e plase yo akote lotèl la.
LEV 6:11 Answit, li va retire vètman sa yo pou mete lòt vètman. Epi li va pote sann yo deyò kan an nan yon plas ki pwòp.
LEV 6:12 Dife sou lotèl la dwe kontinye brile sou li. Li pa pou tenyen, men prèt la va brile bwa sou li chak maten. Li va pozisyone ofrann brile a sou li, e ofri sou li nan lafimen pati grès ofrann lapè yo.
LEV 6:13 Dife a dwe kontinye brile nèt sou lotèl la; li pa pou tenyen.
LEV 6:14 “‘Alò, sa se lalwa ofrann sereyal la: fis Aaron yo va prezante li devan SENYÈ a, devan lotèl la.
LEV 6:15 Answit, li va leve soti de li yon men plen avèk farin fen ofrann sereyal la, avèk lwil li ak tout lansan ki sou ofrann sereyal la, epi li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, yon odè santi bon, kòm yon ofrann souvni bay SENYÈ a.
LEV 6:16 Sa ki rete nan li a, Aaron avèk fis li yo dwe manje. Li va manje tankou gato san ledven nan yon plas ki sen. Yo dwe manje li nan galeri tant asanble a.
LEV 6:17 Li p ap boukannen avèk ledven. Mwen te bay li kòm pòsyon pa yo nan ofrann pa M pa dife a. Li pi sen pase tout, kòm ofrann peche ak ofrann koupabilite a.
LEV 6:18 Chak mal pami fis Aaron yo kapab manje li. Li se yon òdonans pèmanan, atravè jenerasyon nou yo, soti nan ofrann dife bay SENYÈ a. Nenpòt moun ki touche yo va sen.’”
LEV 6:19 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
LEV 6:20 “Sa se ofrann ke Aaron avèk fis li yo dwe prezante bay SENYÈ a nan jou ke li onksyone a: dizyèm nan yon efa farin fen kòm yon ofrann sereyal nòmal, mwatye nan li nan maten e mwatye nan li nan aswè.
LEV 6:21 Li va prepare avèk lwil nan yon pwalon. Lè li fin byen vire, ou va pote li. Ou va prezante ofrann sereyal la an mòso boukannen kòm bon sant bay SENYÈ a.
LEV 6:22 Prèt onksyone a ki nan plas li pami fis li yo va ofri li. Pa yon òdonans pèmanan, li va ofri tout nèt nan lafimen bay SENYÈ a.
LEV 6:23 Konsa, chak ofrann sereyal va konplètman brile nan lafimen bay SENYÈ a.”
LEV 6:24 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 6:25 “Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Sa se lalwa ofrann peche a: nan plas kote ofrann brile a vin touye a, ofrann peche a va touye devan SENYÈ a. Li pi sen pase tout.
LEV 6:26 Prèt la ki ofri li pou peche a va manje li. Li va manje yon kote ki sen, nan galeri a tant asanble a.
LEV 6:27 Nenpòt moun ki touche chè li va vin sen. Lè kèk nan san li vin gaye sou yon vètman, nan yon lye sen, ou va lave sa ki te gaye sou li a.
LEV 6:28 Osi po ajil ladann li te bouyi a va kraze; epi si li te bouyi nan yon veso an bwonz, alò li va lave byen lave, e rense nan dlo.
LEV 6:29 Chak mal pami prèt yo kapab manje ladann. Li pi sen pase tout.
LEV 6:30 Men okenn ofrann peche ki te gen san ki te pote antre nan tant asanble a pou fè ekspiyasyon nan lye sen an p ap manje. Li va brile avèk dife.
LEV 7:1 “‘Alò sa se lalwa ofrann koupabilite a: li pi sen pase tout.
LEV 7:2 Nan plas kote yo touye ofrann brile a, yo dwe touye ofrann koupabilite a, e li va flite san li toupatou sou lotèl la.
LEV 7:3 Answit, li va ofri li avèk tout grès li: grès ke avèk grès ki kouvri zantray yo,
LEV 7:4 ak de ren yo avèk grès ki sou yo, ki nan pati senti a; epi gwo bout fwa a, li va retire avèk ren yo.
LEV 7:5 Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Li se yon ofrann koupabilite.
LEV 7:6 Chak mal pami prèt yo kapab manje li. Li pi sen pase tout.
LEV 7:7 “‘Ofrann koupabilite a se tankou ofrann peche a, se yon sèl lwa pou yo. Prèt ki fè ekspiyasyon avèk li a va genyen li.
LEV 7:8 Osi, prèt ki prezante ofrann brile a nenpòt moun nan, prèt sa a va gen pou li menm, po a ofrann brile ke li te prezante a.
LEV 7:9 Menm jan an, chak ofrann sereyal ki vin kwit nan fou a ak tout bagay ki prepare nan yon pwalon va rete pou prèt ki prezante li a.
LEV 7:10 Tout ofrann sereyal, mele avèk lwil oswa sèch, va vin apatyen a tout fis Aaron yo, tout menm jan an.
LEV 7:11 “‘Alò, sa se lalwa sakrifis ofrann lapè ki va prezante bay SENYÈ a.
LEV 7:12 Si li ofri li pou bay remèsiman, alò, ansanm avèk sakrifis remèsiman an, li va ofri gato san ledven mele avèk lwil, galèt kouvri avèk lwil, ak gato farin fen mele avèk lwil.
LEV 7:13 Avèk sakrifis ofrann lapè pou bay remèsiman an, li va prezante ofrann li an avèk gato pen san ledven.
LEV 7:14 De sa, li va prezante youn nan chak ofrann kòm yon don bay SENYÈ a. Li va apatyen a prèt ki flite san ofrann lapè yo.
LEV 7:15 Alò, pou chè a sakrifis ofrann lapè li yo, li va manje nan jou li ofri a. Li p ap kite anyen nan li rete pou maten.
LEV 7:16 “‘Men si sakrifis lapè a se yon ofrann pou fè ve, oswa yon ofrann bòn volonte, li va manje nan jou ke li ofri sakrifis la. Epi nan pwochen jou a, sa ki rete a, ap kapab manje;
LEV 7:17 men sa ki rete nan chè sakrifis la, nan twazyèm jou a, va brile avèk dife.
LEV 7:18 Alò, si nenpòt nan chè sakrifis ofrann lapè yo ta janm manje nan twazyèm jou a, sila ki ofri li a, p ap aksepte, e li p ap konte nan avantaj li. Li va yon bagay lèd, e moun ki manje ladann nan, va pote pwòp inikite pa li.
LEV 7:19 “‘Osi, chè ki touche yon bagay ki pa pwòp p ap manje. Li va brile avèk dife. Pou lòt chè, nenpòt moun ki pwòp kapab manje chè sa a.
LEV 7:20 Men moun ki manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a lè l pa pwòp, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.
LEV 7:21 Lè yon moun touche yon bagay ki pa pwòp, kit se bagay sal ki sòti nan moun, kit se yon bèt ki pa pwòp, kit se yon vye bagay sal, e manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.’”
LEV 7:22 Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
LEV 7:23 “Pale avèk fis Israël yo e di: ‘Nou pa pou manje okenn grès a yon bèf, yon mouton, oswa yon kabrit.
LEV 7:24 Osi, grès a yon bèt ki mouri e grès a yon bèt ki dechire pa bèt parèy li kapab mete a nenpòt lòt sèvis, men anverite, nou pa pou manje li.
LEV 7:25 Paske nenpòt moun ki manje nan grès animal ki soti nan yon ofrann pa dife ki ofri bay SENYÈ a, menm moun ki manje l, va koupe retire de pèp li a.
LEV 7:26 Nou pa pou bwè okenn san, ni san zwazo, ni san bèt, ni okenn san nan abitasyon nou yo.
LEV 7:27 Nenpòt moun ki bwè nenpòt san, menm moun sa a va koupe retire de pèp li a.’”
LEV 7:28 Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
LEV 7:29 “Pale avèk fis Israël yo, e di: ‘Sila ki ofri sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a, va pote ofrann li an bay SENYÈ a soti nan sakrifis ofrann lapè li a.
LEV 7:30 Se pwòp men li ki va pote ofrann pa dife a bay SENYÈ a. Li va pote grès la avèk pwatrin nan, pou pwatrin nan kapab prezante kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a.
LEV 7:31 Prèt la va ofri grès la nan lafimen sou lotèl la, men pwatrin nan va pou Aaron avèk fis li yo.
LEV 7:32 Nou va bay kwis dwat la a prèt la kòm yon don ki sòti nan sakrifis ofrann lapè nou yo.
LEV 7:33 Sila pami fis Aaron ki ofri san ofrann lapè a ak grès la, kwis dwat la va pou li kòm pati pa li.
LEV 7:34 Paske, Mwen te pran pwatrin nan ofrann vag la ak kwis la ki te bay pa fis Israël yo ki sòti nan ofrann lapè pa yo a pou bay yo a Aaron, prèt la, ak fis li yo, kòm dwa yo pou tout tan ki sòti nan fis Israël yo.’”
LEV 7:35 Se sa ki konsakre a Aaron e ki konsakre a fis li yo soti nan ofrann brile bay SENYÈ a, depi jou ke li te prezante yo pou sèvi kòm prèt bay SENYÈ a.
LEV 7:36 Sa yo SENYÈ a te kòmande pou bay yo sòti nan fis Israël yo nan jou ke li te onksyone yo a. Se dwa yo pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.
LEV 7:37 Sa se lalwa pou ofrann brile a, ofrann sereyal, ofrann peche, ofrann koupabilite, ofrann òdinasyon ak sakrifis ofrann lapè yo,
LEV 7:38 ke SENYÈ a te kòmande Moïse nan Mòn Sinaï nan jou ke li te kòmande fis Israël yo pou prezante ofrann pa yo bay SENYÈ a nan dezè Sinaï a.
LEV 8:1 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
LEV 8:2 “Pran Aaron ak fis li yo avè l, avèk vètman yo, lwil onksyon an, towo ofrann peche a, de belye, ak panyen pen san ledven an,
LEV 8:3 epi reyini tout asanble a nan pòtay tant asanble a.”
LEV 8:4 Alò, Moïse te fè ojis sa ke SENYÈ a te kòmande li a. Lè asanble a te fin reyini nan pòtay tant asanble a,
LEV 8:5 Moïse te di asanble a: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande pou fè yo.”
LEV 8:6 Konsa, Moïse te fè Aaron avèk fis li yo vin pwoche e te benyen yo avèk dlo.
LEV 8:7 Li te mete yon tinik sou li, mare senti li avèk yon sentiwon an twal, abiye li avèk yon manto, mete efòd la sou li; epi li te tache ban atistik efòd la e mare l sou li.
LEV 8:8 Li te mete pyès lestomak la sou li. Anplis, nan pyès lestomak la, li te mete Ourim nan avèk Toumim nan.
LEV 8:9 Li te plase plastwon an sou tèt li. Sou plastwon an, pa devan, li te mete plak an lò a, kouwòn sen an, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
LEV 8:10 Alò, Moïse te pran lwil onksyon an e te onksyone tabènak la ak tout sa ki te ladann, epi li te konsakre yo.
LEV 8:11 Li te flite kèk lwil ladann sou lotèl la sèt fwa, e li te onksyone lotèl la avèk tout zouti li yo, ak basen an avèk baz li pou konsakre yo.
LEV 8:12 Konsa, li te vide kèk nan lwil onksyon an sou tèt Aaron, e li te onksyone li, pou konsakre li.
LEV 8:13 Apre sa, Moïse te fè fis Aaron yo pwoche. Li te abiye yo avèk tinik yo, mare senti yo avèk sentiwon an twal yo e mare kas yo sou yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
LEV 8:14 Answit, li te pote towo ofrann peche a, e Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt towo ofrann peche a.
LEV 8:15 Apre sa, Moïse te touye li. Li te pran san an avèk dwèt li, li te mete kèk nan li toupatou sou kòn lotèl la, e te pirifye lotèl la. Rès san an, li te vide li nan baz lotèl la, e li te konsakre li pou fè ekspiyasyon pou li.
LEV 8:16 Li te osi pran tout grès ki te sou zantray yo avèk gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo. Moïse te ofri li nan lafimen sou lotèl la.
LEV 8:17 Men towo a avèk po li ak chè li, ak watè li, li te brile yo nan dife a deyò kan an jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
LEV 8:18 Alò, li te prezante belye ofrann brile a. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a.
LEV 8:19 Moïse te touye li e li te flite san an toutotou lotèl la.
LEV 8:20 Lè li te fin koupe belye a an mòso, Moïse te ofri tèt la, mòso yo ak grès di ki kouvri ren yo nan lafimen.
LEV 8:21 Apre li te fin lave zantray yo ak janm yo avèk dlo, Moïse te ofri tout belye a nan lafimen sou lotèl la. Se te ofrann brile a pou yon bon odè. Li te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
LEV 8:22 Answit, li te prezante dezyèm belye a, belye òdinasyon an. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a.
LEV 8:23 Moïse te touye li, pran kèk nan san li e li te mete li sou tèt zòrèy dwat Aaron, sou pous men dwat li ak gwo zòtèy pye dwat li.
LEV 8:24 Osi, li te fè fis Aaron yo vin toupre; epi Moïse te mete kèk nan san an sou tèt zòrèy dwat la, sou pous men dwat yo, ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Alò, Moïse te flite rès san an toutotou lotèl la.
LEV 8:25 Li te pran grès la, grès ke a, tout grès ki te sou zantray yo, gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo ak kwis dwat la.
LEV 8:26 Nan panyen pen san ledven ki te devan SENYÈ a, li te retire yon gato pen san ledven, yon gato pen mele avèk lwil ak yon galèt, e li te plase yo sou pati grès yo ak sou kwis dwat la.
LEV 8:27 Answit, li te mete tout sa yo nan men Aaron ak nan men fis li yo, e li te prezante yo kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a.
LEV 8:28 Answit, Moïse te pran yo nan men yo, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la avèk ofrann brile yo. Yo te yon ofrann òdinasyon pou yon bon odè. Se te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
LEV 8:29 Moïse te pran pwatrin nan, e li te prezante li kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a. Sa te pati pa Moïse nan belye òdinasyon an, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
LEV 8:30 Alò, Moïse te pran kèk nan lwil onksyon an e kèk nan san ki te sou lotèl la, e li te flite li sou Aaron, sou vètman pa li, sou fis li yo, sou vètman pou fis li yo avèk pa li a. Konsa, li te konsakre Aaron, vètman li yo, fis li yo ak vètman a fis li yo ansanm avèk li menm.
LEV 8:31 Answit, Moïse te di a Aaron ak fis li yo: “Bouyi chè a nan pòtay tant asanble a, e manje li ansanm avèk pen ki nan panyen ofrann òdinasyon an, jis jan ke m te kòmande a lè m te di: ‘Aaron avèk fis li yo va manje li.’
LEV 8:32 Sa ki rete nan chè a ak nan pen an, ou va brile li nan dife.
LEV 8:33 Pandan sèt jou, nou pa pou sòti deyò pòtay tant asanble a, jis rive jou ke tan òdinasyon nou an fini: paske li va òdone nou pandan sèt jou.
LEV 8:34 “Sa ki te fèt la jodi a, konsa, SENYÈ a te bay lòd pou fè, pou fè ekspiyasyon pou nou.
LEV 8:35 Nan pòtay tant asanble a, anplis, nou va rete lajounen kon lannwit pandan sèt jou pou kenbe lòd SENYÈ a pou nou pa mouri: paske se konsa mwen resevwa lòd la.”
LEV 8:36 Konsa, Aaron avèk fis li yo te fè tout bagay ke SENYÈ a te kòmande atravè Moïse yo.
LEV 9:1 Alò, li te vin rive nan uityèm jou a ke Moïse te rele Aaron, fis li yo ak ansyen an Israël yo.
LEV 9:2 Konsa, li te di a Aaron: “Pran pou nou menm yon jenn kabrit, yon jenn towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile, tou de san defo, e ofri yo devan SENYÈ a.
LEV 9:3 Epi a fis Israël yo nou va pale pou di: ‘Pran yon mal kabrit pou yon ofrann peche, ak yon jenn kabrit avèk yon jenn mouton, toude nan laj yon ane, san defo, pou yon ofrann brile,
LEV 9:4 epi yon bèf avèk yon belye pou ofrann lapè a, pou fè sakrifis devan SENYÈ a; e yon ofrann sereyal melanje avèk lwil: paske jodi a, SENYÈ a va parèt a nou menm.’”
LEV 9:5 Donk, yo te pran sa ke Moïse te kòmande devan tant asanble a. Tout asanble a te rapwoche pou kanpe devan SENYÈ a.
LEV 9:6 Moïse te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande nou pou fè, pou glwa SENYÈ a kapab parèt a nou menm.”
LEV 9:7 Konsa, Moïse te di a Aaron: “Vin toupre lotèl la, e ofri ofrann peche ak ofrann brile nou yo, pou nou kapab fè ekspiyasyon pou nou menm, ak pou pèp la; pou nou kapab fè ekspiyasyon pou yo, jan SENYÈ a te kòmande a.”
LEV 9:8 Donk, Aaron te vin toupre lotèl la. Li te touye jenn kabrit la, ofrann peche ki te pou li menm nan.
LEV 9:9 Fis Aaron yo te prezante san an ba li. Li te fonse dwèt li nan san an, li te mete kèk sou kòn lotèl la, e li te vide rès san an nan baz lotèl la.
LEV 9:10 Grès la, ren yo avèk gwo mòso fwa ofrann peche a, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
LEV 9:11 Men chè a avèk po a, li te brile yo avèk dife deyò kan an.
LEV 9:12 Answit, li te touye ofrann brile a; epi fis Aaron yo te lonje bay li san an, e li te flite li toupatou sou lotèl la.
LEV 9:13 Yo te lonje ofrann brile a ba li an mòso avèk tèt la, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la.
LEV 9:14 Li te lave zantray yo avèk janm yo, e li te ofri yo nan lafimen avèk ofrann brile yo sou lotèl la.
LEV 9:15 Answit, li te prezante ofrann pèp la, e li te pran kabrit ofrann peche ki te pou pèp la. Li te touye li e li te ofri li pou peche, tankou premye a.
LEV 9:16 Li te prezante osi ofrann brile a. Li te ofri li selon òdonans lan.
LEV 9:17 Apre, li te prezante ofrann sereyal la, li te plen men li avèk kèk ladann. Konsa, li te ofri li nan lafimen sou lotèl la, anplis de ofrann brile nan maten an.
LEV 9:18 Answit, li te touye bèf la avèk belye a, sakrifis lapè ki te pou pèp la. Fis Aaron yo te lonje ba li san an pou li te flite li toupatou sou lotèl la;
LEV 9:19 ak pati grès ki sòti nan bèf la, nan belye a, grès ke a ak grès ki kouvri ren yo avèk gwo mòso fwa a,
LEV 9:20 epi yo te plase pati grès sou pwatrin yo. Konsa, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la.
LEV 9:21 Men pwatrin yo avèk kwis dwat la, Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a, jis jan ke Moïse te kòmande a.
LEV 9:22 Alò, Aaron te leve men li anlè vè pèp la e li te beni yo. Konsa, li te desann lè l te fin fè ofrann peche a, ofrann brile a ak ofrann lapè yo.
LEV 9:23 Moïse avèk Aaron te antre nan tant asanble a. Lè yo te sòti e te beni pèp la, laglwa SENYÈ a te parèt a tout pèp la.
LEV 9:24 Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo.
LEV 10:1 Alò Nadab avèk Abihu, fis Aaron yo, te pran pwòp plato sann dife pa yo. Lè yo te fin mete dife ladan yo, yo te mete lansan sou li e yo te ofri dife etranj la devan SENYÈ a, ke Li pa t kòmande yo fè.
LEV 10:2 Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.
LEV 10:3 Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwòch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Konsa, Aaron te gade silans.
LEV 10:4 Moïse te rele osi Mischaël ak Eltsaphan, fis a tonton Aaron an, Uziel. Li te di yo: “Avanse; pote moun fanmi nou yo sòti devan sanktyè a pou rive deyò kan an.”
LEV 10:5 Konsa, yo te avanse e yo te pote yo toujou nan tinik yo pou rive deyò kan an.
LEV 10:6 Answit, Moïse te di a Aaron avèk fis li yo, Éléazar ak Ithamar: “Pa dekouvri tèt nou, ni chire rad nou, pou nou pa mouri; pou Li pa vin ranpli avèk kòlè kont tout asanble a. Men kite tout fanmi nou yo, tout lakay Israël la, lamante akoz brile ke SENYÈ a te limen an.
LEV 10:7 Nou pa pou menm sòti nan pòtay tant asanble a, sinon, nou va mouri; paske lwil onksyon SENYÈ a sou nou.”
LEV 10:8 “Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron. Li te di:
LEV 10:9 Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo.
LEV 10:10 Fòk nou fè yon distenksyon antre sa ki sen ak sa ki pa sen; antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.
LEV 10:11 Enstwi fis Israël yo nan tout lòd ke SENYÈ a te pale atravè Moïse yo.”
LEV 10:12 Answit, Moïse te pale ak Aaron e ak fis ki te rete vivan yo, Éléazar avèk Ithamar: “Pran ofrann sereyal ki toujou rete nan ofrann pa dife SENYÈ a, e manje li san ledven akote lotèl la, paske li sen pase tout.
LEV 10:13 Anplis, nou va manje li nan yon lye ki sen akoz ke se dwa ou ak dwa fis ou yo ki sòti nan ofrann pa dife SENYÈ a. Paske, se konsa Mwen te resevwa kòmand lan.
LEV 10:14 Sepandan, pwatrin ofrann balanse an lè a ak kwis ofrann ke nou kapab manje nan yon plas ki pwòp la, ou menm avèk fis ou yo, e fi nou yo avèk nou menm. Paske yo te bay a ou menm e a fis ou yo kòm dwa ki sòti nan sakrifis ofrann lapè a fis Israël yo.
LEV 10:15 Kwis ke yo te ofri nan leve a, ak pwatrin ke yo te ofri nan ofrann balanse an lè a, yo va pote yo ansanm avèk ofrann pa dife pati grès la, pou prezante kòm yon ofrann leve balanse an lè devan SENYÈ a. Konsa, li va yon bagay ki dwa ou, e dwa fis ou yo avèk ou pou tout tan, jan SENYÈ a te kòmande a.”
LEV 10:16 Men Moïse te chache avèk atansyon kabrit ofrann peche a, e vwala, li te fin brile nèt! Donk, li te fache avèk fis Aaron ki te toujou vivan yo, Éléazar avèk Ithamar. Li te di:
LEV 10:17 “Poukisa nou pa t manje ofrann peche ki nan lye sen an? Paske li sen pase tout, e Li te bannou li pou efase koupabilite asanble a, pou fè ekspiyasyon pou yo devan SENYÈ a.
LEV 10:18 Gade byen, san li pa t pote antre nan sanktyè a. Anverite, nou te dwe manje li nan sanktyè a jan Mwen te kòmande a.”
LEV 10:19 Men Aaron te pale avèk Moïse, e te di: “Gade byen, se jou sa a menm ke yo te prezante ofrann peche ak ofrann brile pa yo a devan SENYÈ a. Epi gade bagay konsa yo ki vin rive mwen. Si m te manje yon ofrann peche jodi a, èske li t ap bon nan zye SENYÈ a?”
LEV 10:20 Lè Moïse te tande sa, sa te sanble gen bon rezon devan zye li.
LEV 11:1 Senyè a te pale ankò a Moïse avèk Aaron, e Li te di yo:
LEV 11:2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Sa yo se kreyati ke nou kapab manje pami tout bèt ki sou latè yo.
LEV 11:3 Nenpòt bèt ki gen zago ki fann e ki remoute manje yo, nan bèt sa yo, nou kapab manje.
LEV 11:4 “‘Sepandan, nou pa pou manje nan sa yo, pami sila ki remoute manje e ki gen zago ki fann yo: chamo, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou.
LEV 11:5 Menm jan an, daman an, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago, li pa pwòp pou nou;
LEV 11:6 Lapèn tou, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou.
LEV 11:7 Epi kochon an, paske malgre li divize zago, ki fè l yon zago fann, li pa remoute manje li; li pa pwòp pou nou.
LEV 11:8 Nou pa pou manje chè yo, ni touche kadav yo; yo pa pwòp pou nou.
LEV 11:9 “‘Sa yo nou kapab manje, nenpòt sa ki nan dlo: tout sa ki gen zèl ak kal, sa yo ki nan dlo, nan lanmè oswa nan rivyè, nou kapab manje yo.
LEV 11:10 Men nenpòt sa ki nan lanmè oswa nan rivyè ki pa gen zèl avèk kal pami tout sa ki gen lavi nan dlo yo, yo se bagay abominab pou nou.
LEV 11:11 Konsa, yo va abominab pou nou. Nou pa pou manje chè yo, ak kadav yo. Nou va deteste yo.
LEV 11:12 Nenpòt sa ki nan dlo ki pa gen zèl ak kal abominab pou nou.
LEV 11:13 “‘Sa yo, anplis, nou va deteste pami zwazo yo; yo abominab, yo pa pou manje: èg, òfrè, avèk èg lanmè,
LEV 11:14 malfini, karanklou avèk tout espès li yo,
LEV 11:15 kòbo, avèk tout espès li yo,
LEV 11:16 otrich avèk janmichèt, poul dlo, malfini avèk tout espès li yo,
LEV 11:17 koukou, plonjon ak frize,
LEV 11:18 gwo kana mawon blan, pelikan, chwèt,
LEV 11:19 sigòy, krabye avèk tout espès li, chòchòt ak sèpantye.
LEV 11:20 “‘Tout ensèk avèk zèl ki mache sou kat pye abominab pou nou.
LEV 11:21 Sepandan, sa yo nou kapab manje yo pami ensèk ak zèl; sa ki mache sou kat pye yo, ki gen anlè pye kole ak janm ki sèvi pou sote sou tè a.
LEV 11:22 Sa ladan yo, nou kapab manje: krikèt chan avèk tout espès li, krikèt voras avèk tout espès li yo, krikèt kay avèk tout espès li yo, e krikèt volan avèk tout espès li yo.
LEV 11:23 Men tout lòt ensèk a zèl ki gen kat pye abominab pou nou.
LEV 11:24 “‘Anplis, pa bagay sila yo, nou vin pa pwòp: nenpòt moun ki touche kadav yo vin pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 11:25 Nenpòt moun ki ranmase kadav li yo va lave rad li e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 11:26 “‘Tout zannimo avèk zago ki divize, men ki pa fann nèt, oswa ki pa remoute manje yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche yo vin pa pwòp.
LEV 11:27 Nenpòt zannimo ki mache sou pat li; pami tout kreyati ki mache sou kat pat yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche kadav li yo vin pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 11:28 Sila ki ranmase kadav yo va lave rad yo, e yo va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Yo pa pwòp pou nou.
LEV 11:29 “‘Men sa ki pa pwòp pou nou pami bagay ki trennen atè yo: zagoudi, sourit, gran leza ak tout espès li yo,
LEV 11:30 zandolit, gwo kayiman, zandolit gongolo avèk kameleyon.
LEV 11:31 Sa yo pa pwòp pou nou pami sa ki trennen atè yo. Nenpòt moun ki touche yo lè yo mouri vin pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 11:32 Nenpòt bagay sou li ke youn nan yo ta tonbe lè l mouri, bagay sa a va vin pa pwòp, enkli nenpòt bagay an bwa, vètman, po, yon sak—nenpòt bagay pou itilizasyon li fèt la—li va mete nan dlo, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè, e apre sa li va vin pwòp ankò.
LEV 11:33 Osi, pou nenpòt veso ki fèt avèk ajil kote yon bèt ta tonbe; nenpòt bagay ki ladann va vin pa pwòp. Epi nou va kraze veso a.
LEV 11:34 Nan nenpòt manje ki kapab manje, ki vin gen dlo sou li, sa vin pa pwòp, e nenpòt likid ke nou kapab bwè de li, nan tout veso, li va vin pa pwòp.
LEV 11:35 Anplis, tout bagay ladann yon pati nan kadav bèt la ta kapab tonbe, li vin pa pwòp; yon chodyè oswa yon fou va kraze an mòso. Yo pa pwòp e yo va kontinye rete pa pwòp pou nou.
LEV 11:36 Sepandan, yon sitèn oswa yon sous va rete pwòp, malgre ke sila ki touche kadav bèt yo va pa pwòp.
LEV 11:37 Si yon pati nan kadav yo vin tonbe sou nenpòt semans ki dwe plante, li toujou pwòp.
LEV 11:38 Men si dlo vin sou grenn semans lan, e yon pati nan kadav la tonbe sou li, li vin pa pwòp pou nou.
LEV 11:39 “‘Si youn nan bèt ki pwòp pou manje yo, vin mouri, moun ki touche kadav li a vin pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 11:40 Sila a tou, ki manje kèk nan kadav li a va lave rad li, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Anplis sila ki ranmase kadav li a va lave rad li, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 11:41 “‘Alò, tout bagay trennen ki trennen atè abominab, li pa pou manje.
LEV 11:42 Nenpòt bèt ki rale sou vant li, e nenpòt bèt ki mache sou kat pye, nenpòt bèt ki gen anpil pye, an rapò ak tout sa ki trennen atè, nou pa pou manje yo, paske yo abominab.
LEV 11:43 Pa rann tèt nou vin abominab pa okenn nan bagay ki trennen atè yo. Pa fè tèt nou pa pwòp avèk yo pou nou pa vin pa pwòp.
LEV 11:44 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè.
LEV 11:45 Paske Mwen se SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte pou M ta Bondye nou. Konsa nou va sen, paske Mwen sen.’”
LEV 11:46 “‘Sa se lalwa sou bèt ak zwazo, tout bagay vivan ki kouri nan dlo ak tout bagay ki trennen atè,
LEV 11:47 pou fè yon distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp, e antre kreyati ki kab manje ak sa ki pa kab manje.’”
LEV 12:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 12:2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè yon fanm ansent e vin fè yon pitit gason, alò, li va pa pwòp pandan sèt jou. Tankou nan jou règ li yo, li va pa pwòp.
LEV 12:3 Nan uityèm jou a, chè ti pijon pitit gason an va vin sikonsi.
LEV 12:4 Alò, manman li va rete nan pirifikasyon san li pandan trann-twa jou. Li pa pou touche okenn bagay ki konsakre, ni antre nan sanktyè a jiskaske jou pirifikasyon li yo fin akonpli.
LEV 12:5 Men si li pote yon pitit fi, li va pa pwòp pandan de semèn, tankou nan lè règ li. Konsa, li va rete nan san pirifikasyon li an pandan swasann-si jou.
LEV 12:6 “‘Lè jou pirifikasyon li yo fin akonpli, pou yon fis, oswa yon fi, li va pote kote prèt la nan pòtay tant asanble a, yon jenn mouton sou laj en an kòm yon ofrann brile, ak yon jenn pijon oswa toutrèl kòm yon ofrann peche.
LEV 12:7 Prèt la, va ofri li devan SENYÈ a. Li va fè ekspiyasyon pou fi a, e konsa, li va netwaye de flo san li an. “‘Sa se lalwa pou sila ki pote pitit yo, kit li mal, kit li femèl.
LEV 12:8 Men si li pa gen mwayen achte yon jenn mouton, alò, li va pote de toutrèl, oswa de jenn pijon, youn pou ofrann brile a, e lòt la pou ofrann peche a. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li e li va vin pwòp.’”
LEV 13:1 Alò, SENYÈ a te pale Moïse avèk Aaron. Li te di:
LEV 13:2 “Lè yon nonm vin gen sou po kò li yon enflamasyon, yon gal, oswa yon tach blanch, e li vin gen yon enfeksyon lalèp sou po kò li, alò, li va pote bay Aaron, prèt la, oswa yon prèt nan fis li yo.
LEV 13:3 Prèt la va gade bouton an sou po kò a. Si plim nan enfeksyon an vin blan, e enfeksyon an parèt pi fon ke po kò a, li se yon enfeksyon lalèp. Lè prèt la fin gade li, li va pwononse li pa pwòp.
LEV 13:4 Men si bouton blan an sou po kò a, men li pa parèt pi fon ke po a, epi plim sou li pa vin blan, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou.
LEV 13:5 Prèt la va gade li nan setyèm jou a. Epi selon sa li wè, si enfeksyon an pa chanje, enfeksyon an pa gaye sou po a, alò, prèt la va fè l izole pandan sèt jou ankò.
LEV 13:6 Prèt la va gade li ankò nan setyèm jou a. Si enfeksyon an ap disparèt, e bouton an pa gaye sou po a, alò prèt la va pwoklame li pwòp. Se sèlman yon gal. Li va lave rad li; li va pwòp.
LEV 13:7 Men si gal la vin gaye plis sou po a apre li te fin vizite prèt la pou pirifikasyon li, li va parèt ankò devan prèt la.
LEV 13:8 Prèt la va gade, e si gal la vin gaye sou po a, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li se lalèp.
LEV 13:9 “Lè enfeksyon lalèp la sou yon moun, alò, li va vin mennen bay prèt la.
LEV 13:10 Prèt la va gade l. Si gen yon enflamasyon blan sou po a, li fè plim li vin blan, e gen maleng nan enflamasyon an,
LEV 13:11 sa se yon lalèp kwonik sou po kò li. Prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li p ap izole li ankò, paske li deja pa pwòp.
LEV 13:12 Si lalèp la vin gaye plis sou po a, e lalèp la kouvri tout po de sila ki gen enfeksyon an soti nan tèt li, jis rive nan pye li, toupatou kote prèt la kab wè,
LEV 13:13 alò, prèt la va gade, e veye byen, si lalèp la vin kouvri tout kò li, li va pwoklame li pwòp. Li te vin blanch nèt, e koulye a, li vin pwòp.
LEV 13:14 Men nenpòt maleng ki vin parèt sou li, li va vin pa pwòp.
LEV 13:15 Prèt la va gade maleng lan, e li va pwoklame li pa pwòp. Maleng lan pa pwòp, se lalèp li ye.
LEV 13:16 Oswa, si maleng lan chanje ankò vin tou blanch, alò, li va vini kote prèt la.
LEV 13:17 Konsa, prèt la va gade li, e veye byen, si enfeksyon an te vin tou blanch, alò prèt la va pwoklame li pwòp de enfeksyon an. Li pwòp.
LEV 13:18 “Si kò a gen yon abse sou po a, e li vin geri,
LEV 13:19 epi nan plas abse a, li vin gen yon enflamasyon tou blanch oswa yon tach blanch e wouj fonse, byen vif, li va montre l a prèt la.
LEV 13:20 Prèt la va gade li, e veye byen, si li vin parèt pi fonse ke po a, e plim sou li a vin tou blanch, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se enfeksyon lalèp, li vin parèt nan abse a.
LEV 13:21 Men si prèt la gade li, e veye byen, li pa gen plim blanch ladann, li pa pi fon ke po a, e l ap vin disparèt, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou.
LEV 13:22 Si li gaye plis sou po a, alò, prèt la va pwoklame li pa pwòp. Se yon enfeksyon li ye.
LEV 13:23 Men si tach vif la rete nan plas li, e li pa gaye, se sèlman sikatris abse a. Konsa, prèt la va pwoklame li pwòp.
LEV 13:24 “Oubyen, si kò a vin brile nan dife, e maleng brile a vin yon mak vif, blan wouj fonse, oswa blan,
LEV 13:25 alò, prèt la va gade li. Epi si plim nan mak vif la vin tou blanch e parèt pi fonse ke chè a, sa se lalèp. Li vin parèt nan kote ki brile a. Konsa, prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se yon enfeksyon lalèp.
LEV 13:26 Men si prèt la gade li, e vrèman, pa gen plim blan nan mak vif la e li pa pi fon ke po a, men li vin pal; alò, prèt la va izole li pandan sèt jou.
LEV 13:27 Epi prèt la va gade li nan setyèm jou a. Si li gaye plis sou po a, alò, prèt la va pwoklame li pa pwòp.Sa se yon enfeksyon lalèp.
LEV 13:28 Men si mak vif la toujou rete nan plas li, e li pa gaye nan po a, men li vin pal, sa se sèlman enflamasyon ki soti nan brile a, epi prèt la va pwoklame li pwòp, paske se sèlman sikatris brile a.
LEV 13:29 “Alò, si yon nonm oswa yon fanm gen yon enfeksyon nan tèt oswa nan bab,
LEV 13:30 alò, prèt la va gade enfeksyon an. Si li parèt pi fonse pase po a e li vin gen yon ti plim avèk yon koulè jon, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li se yon kal. Sa se lalèp nan tèt oubyen nan bab.
LEV 13:31 Men si prèt la gade enfeksyon kal la, e vrèman, li parèt pi fonse ke po a, e nanpwen plim nwa ladann, alò, prèt la va izole moun avèk enfeksyon kal la pandan sèt jou.
LEV 13:32 Nan setyèm jou a, prèt la va gade enfeksyon an; epi si kal la pa gaye pi lwen, li pa gen ti plim jòn ki grandi ladann, e li pa sanble ke kal la pi fonse ke po a,
LEV 13:33 answit, li va pase razwa sou li, men pa sou kal la; epi prèt la va izole moun avèk kal la pandan sèt jou anplis.
LEV 13:34 Answit, nan setyèm jou a, prèt la va gade kal la, si kal la pa gaye nan po a, e li pa parèt pi fonse ke po a, prèt la va pwoklame li pwòp. Li va lave rad li, e li va vin pwòp.
LEV 13:35 Men si kal la vin gaye plis sou po a apre pirifikasyon li,
LEV 13:36 alò, prèt la va gade li, e si kal la ap gaye nan po a, prèt la pa bezwen chèche plim jòn nan. Li pa pwòp.
LEV 13:37 Si nan zye li, kal la rete, malgre sa, plim nwa yo vin grandi ladann, kal la vin geri, li pwòp. Konsa, prèt la va pwoklame li pwòp.
LEV 13:38 “Lè yon nonm oswa yon fanm gen mak vif sou po kò a, menm mak tou blanch,
LEV 13:39 alò prèt la va gade, e si mak vif sou po kò yo se blan pal, se sèlman ekzema ki parèt sou po a. Li pwòp.
LEV 13:40 “Alò, si yon nonm pèdi cheve nan tèt li, li vin chòv. Li pwòp.
LEV 13:41 Si tèt li vin kale pa devan e sou kote, li chòv pa devan. Li pwòp.
LEV 13:42 Men si nan tèt chòv la oswa nan fwontèn chòv la, vin rete yon enfeksyon koulè blan— wouj fonse, sa se lalèp k ap parèt sou tèt chòv li oswa fwontèn chòv li a.
LEV 13:43 Answit, prèt la va gade li. Konsa, si enflamasyon enfeksyon an blan-wouj fonse sou tèt chòv oswa sou fwontèn chòv li, tankou aparans lalèp sou po kò a,
LEV 13:44 li se yon moun lalèp. Li pa pwòp. Prèt la va vrèman pwoklame li pa pwòp. Enfeksyon li sou tèt li a.
LEV 13:45 Pou moun lalèp ki gen enfeksyon an, fòk li mete rad chire, e lese cheve nan tèt li san penyen. Li va kouvri moustach li e kriye: ‘Pa pwòp, pa pwòp.’
LEV 13:46 Li va rete pa pwòp pandan tout jou ke enfeksyon an dire yo. Li pa pwòp. Li va abite izole pou kont li. Li gen pou rete deyò kan an.
LEV 13:47 “Lè yon vètman vin gen lalèp kanni, kit se twal len nèt kit se twal len fen,
LEV 13:48 kit li tise, kit li trikote avèk len nèt oswa avèk len fen, kit se an kwi oswa an okenn bagay ki fèt an kwi,
LEV 13:49 si mak la tou vèt oswa wouj nan vètman an, kit se an kwi, oswa an tise ou trikote, oswa an okenn bagay an kwi, li se yon mak lalèp kanni, e fòk li vin montre bay prèt la.
LEV 13:50 Alò, prèt la va gade mak la e li va izole bagay avèk mak la pandan sèt jou.
LEV 13:51 Konsa, li va gade mak la nan setyèm jou a. Si mak la vin gaye sou rad la nan tise a, oswa trikote a, oswa an kwi oubyen nenpòt bagay ke kwi a sèvi, mak la se lalèp kanni, e li se yon maleng. Li pa pwòp.
LEV 13:52 Pou sa, li va brile rad la, kit an tise, oswa an trikote, oswa an len nèt, an len fen, oubyen nenpòt bagay an kwi kote mak la parèt, paske li se lalèp kanni maleng. Li va brile nan dife.
LEV 13:53 “Men si prèt la ta gade, e vrèman, mak la pa gaye nan vètman an, ni nan tise a, ni nan trikote a, ni nan bagay an kwi a,
LEV 13:54 alò, prèt la va pase lòd pou lave bagay ki te gen mak la e li va vin izole li pandan sèt jou anplis.
LEV 13:55 Lè bagay la avèk mak la fin lave, prèt la va gade ankò, e si mak la pa chanje aparans li, malgre mak la pa gaye, li pa pwòp. Nou va brile li nan dife, menm si li epwize pa anwo oswa pa devan li.
LEV 13:56 Alò, si prèt la gade e mak la vin mwens, li va chire e retire li nan vètman an, oswa an kwi a, kit se nan tise, kit se nan trikote a;
LEV 13:57 epi si li parèt ankò nan vètman an, kit se nan tise a, oswa nan trikote a, oswa nan nenpòt bagay ki fèt an kwi, sa se yon epidemi lalèp kanni. Bagay la avèk mak la va brile nan dife.
LEV 13:58 Vètman an, kit se nan tise, oswa nan trikote, oswa nan nenpòt bagay ki fèt an kwi kote mak la te sòti lè nou te lave li a, li va konsa lave yon dezyèm fwa e li va vin pwòp.”
LEV 13:59 Sa se lalwa pou mak lalèp kanni nan yon vètman an len nèt, oswa len fen, oswa an tise, oswa an trikote, oswa an nenpòt bagay ki fèt an kwi, pou pwoklame li pwòp oswa pa pwòp.
LEV 14:1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 14:2 “Sa va lalwa pou moun lalèp la nan jou pirifikasyon li. Alò, li va vin mennen devan prèt la,
LEV 14:3 epi prèt la va ale deyò kan an. Konsa prèt la va gade, e si enfeksyon lalèp la te geri nan moun lalèp la,
LEV 14:4 alò, prèt la va bay lòd pou pran de zwazo pwòp avèk bwa sèd, fisèl wouj avèk izòp pou sila ki va vin pirifye a.
LEV 14:5 Prèt la va osi bay lòd pou touye youn nan zwazo yo nan yon veso fèt an tè sou yon dlo k ap koule.
LEV 14:6 Epi pou zwazo vivan an, li va pran li ansanm avèk bwa sèd yo, fisèl wouj la, ak izòp, e li va fonse yo avèk zwazo vivan an nan san zwazo ki te touye sou dlo k ap koule a.
LEV 14:7 Epi li va flite sèt fwa sou sila ki gen lalèp pou pirifye a, e li va pwoklame li pwòp. Konsa, li va kite zwazo vivan an vole lib sou yon chan byen louvri.
LEV 14:8 “Alò, sila k ap pirifye a va lave rad li yo. Li va raze tout cheve li, e li va lave nan dlo pou vin pwòp. Apre tout sa a, li mèt antre nan kan an, men li va rete deyò tant li an pandan sèt jou.
LEV 14:9 Li va nan setyèm jou a pase razwa nan tout cheve li. Li va taye tèt li, bab li, sousi li, e menm tout cheve li. Alò, li va lave rad li yo e benyen kò l nan dlo. Konsa, li vin pwòp.
LEV 14:10 “Alò, nan uityèm jou a, li gen pou pran de jenn mouton mal san defo, yon jenn mouton femèl laj en nan san defo, twa dizyèm nan yon efa farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal, ak yon boutèy demi lit lwil.
LEV 14:11 Epi prèt la ki pwoklame li pwòp la va prezante nonm kap vin pirifye a, ak bagay sa yo, devan pòtay Tant Asanble a.
LEV 14:12 “Alò, prèt la va pran youn nan jenn mouton mal yo. Li va mennen li pou yon ofrann koupab avèk boutèy demi lit lwil la, e li va prezante li kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a.
LEV 14:13 Answit, li va touye jenn mouton an nan plas kote yo touye ofrann peche a ak ofrann brile a, nan plas kote sanktyè a—pou ofrann koupab la, tankou ofrann peche a, apatyen a prèt la. Li sen pase yo tout.
LEV 14:14 Alò, prèt la va pran kèk nan san ofrann koupab la, e prèt la va mete li sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
LEV 14:15 Prèt la va osi pran kèk nan boutèy demi lit lwil la, e li va vide li nan pla men goch li.
LEV 14:16 Alò, prèt la va fonse dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men goch la, e avèk dwèt li, li va flite kèk nan lwil la sèt fwa devan SENYÈ a.
LEV 14:17 Nan lwil ki rete nan pla men l lan, prèt la va mete kèk sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous a men dwat li ak sou gwo zòtèy a pye dwat li, sou san a ofrann koupab la.
LEV 14:18 Epi rès lwil ki nan pla men prèt la, li va mete li sou tèt a sila k ap vin pirifye a. Epi prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a.
LEV 14:19 “Apre sa, prèt la va ofri ofrann peche a, e li va fè ekspiyasyon pou sila k ap vin pirifye de kondisyon pa pwòp li a. Alò, apre, li va touye ofrann brile a.
LEV 14:20 Prèt la va ofri ofrann brile a ak ofrann sereyal la sou lotèl la. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin pwòp.
LEV 14:21 “Men si se yon malere li ye, e mwayen li pa sifi, alò li va pran yon jenn mouton mal tankou ofrann koupab la, tankou yon ofrann voye anlè pou fè ekspiyasyon pou li, e yon dizyèm efa farin fen mele avèk lwil kòm yon ofrann sereyal ak yon boutèy demi lit lwil;
LEV 14:22 epi de toutrèl oswa de pijon, sa ki posib selon mwayen li; youn va ofrann peche a, e lòt la va ofrann brile a.
LEV 14:23 “Konsa, nan uityèm jou a, li va mennen yo pou pirifikasyon li bay prèt la, nan pòtay tant asanble a, devan SENYÈ a.
LEV 14:24 Prèt la va pran jenn mouton ofrann koupab la, ak boutèy demi lit lwil la, e prèt la va ofri yo kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a.
LEV 14:25 Apre sa, li va touye jenn mouton ofrann peche a. Epi prèt la va pran kèk nan san ofrann koupab la pou mete sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
LEV 14:26 Prèt la va osi vide kèk nan lwil la nan pla men goch li;
LEV 14:27 epi avèk dwèt men dwat li, li va flite kèk nan lwil ki nan pla men goch la sèt fwa devan SENYÈ a.
LEV 14:28 Apre sa, prèt la va mete kèk nan lwil ki nan pla men an sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat li, sou gwo zòtèy pye dwat li, sou plas san a ofrann koupab la.
LEV 14:29 Anplis, rès lwil ki nan pla men prèt la, li va mete li sou tèt a sila k ap vin pirifye a, pou fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a.
LEV 14:30 Li va, alò, ofri youn nan toutrèl oswa nan pijon yo, selon kapasite li.
LEV 14:31 Sa li kapab selon mwayen li, youn pou yon ofrann peche, e lòt la pou yon ofrann brile, ansanm avèk ofrann sereyal la. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon devan SENYÈ a pou sila k ap vin pirifye a.”
LEV 14:32 Sa se lalwa pou sila ki gen yon enfeksyon lalèp, ki gen mwayen limite pou pirifikasyon li.
LEV 14:33 SENYÈ a te pale ankò ak Moïse avèk Aaron e te di:
LEV 14:34 “Lè nou antre nan peyi Canaan an, ke Mwen bannou pou posesyon an, e Mwen mete yon mak lalèp kanni sou yon kay nan peyi posesyon pa nou an,
LEV 14:35 alò, sila ki mèt kay la va vin di prèt la konsa, ‘Mwen wè yon bagay tankou yon mak lalèp kanni ki te vin parèt nan kay la.’
LEV 14:36 Alò, prèt la va pase lòd pou yo mete kay la vid avan prèt la antre pou gade mak la, jis pou tout bagay nan kay la pa oblije vin pa pwòp. Apre, prèt la va antre pou gade kay la.
LEV 14:37 Alò, li va gade mak la, e si mak sou mi kay la fonse avèk koulè tankou vèt oswa wouj ki fonse plis ke sifas la,
LEV 14:38 alò, prèt la va sòti nan kay la pou rive nan pòtay la, e li va fèmen kay la pandan sèt jou.
LEV 14:39 Prèt la va retounen nan setyèm jou a, e li va pase fè enspeksyon. Si mak la te vrèman agrandi nan mi kay la,
LEV 14:40 alò, prèt la va pase lòd pou yo chire retire wòch ki gen mak ladan yo a, pou jete yo deyò nan yon plas ki pa pwòp deyò lavil la.
LEV 14:41 Li va fè yo grate kay la tout anndan, e yo va jete tout vye kras mòtye deyò nan yon plas deyò lavil la.
LEV 14:42 Alò, yo va retire lòt wòch ki kontamine yo pou ranplase yo, e li va pran mòtye nèf pou fè randisaj kay la.
LEV 14:43 “Si, alò, mak la vin parèt ankò nan kay la apre li fin retire wòch yo, grate kay la, e apre li fin fè randisaj nèf la,
LEV 14:44 alò, prèt la va vin antre pou fè yon enspeksyon. Si li wè ke mak la vrèman vin gaye nan kay la ankò, sa se yon mak maleng ki nan kay la. Li pa pwòp.
LEV 14:45 Pou sa, li va kraze kay la nèt, avèk wòch li yo, bwa li yo, ak tout ansyen randisaj li. Li va mete yo deyò lavil la nan yon kote ki pa pwòp.
LEV 14:46 “Anplis, nenpòt moun ki antre nan kay la pandan li te izole a, li va vin pa pwòp pou jis rive nan aswè.
LEV 14:47 Menm jan an, nenpòt moun ki kouche nan kay la, li va lave rad li, e nenpòt moun ki manje nan kay la, li va lave rad li.
LEV 14:48 “Si, yon lòt kote, prèt la antre pou fè yon enspeksyon, e mak la pa vrèman gaye nan kay la apre kay la pase randisaj nèf la, alò, prèt la va pwoklame kay la pwòp akoz ke mak la pa parèt ankò.
LEV 14:49 Alò, pou netwaye kay la, li va pran de zwazo avèk bout bwa sèd, avèk yon fisèl wouj, ak izòp,
LEV 14:50 epi li va touye youn nan zwazo yo nan yon veso fèt ak tè anwo dlo fwe.
LEV 14:51 Alò li va pran bout bwa sèd yo avèk izòp ak fisèl wouj la, avèk zwazo vivan an, e li va fonse yo nan san zwazo ki mouri an, e osi nan dlo fwe a, epi li va flite kay la sèt fwa.
LEV 14:52 Konsa li va netwaye kay la avèk san zwazo a e avèk dlo fwe a, ansanm avèk zwazo vivan an, avèk bout bwa sèd yo, avèk izòp e avèk fisèl wouj la.
LEV 14:53 Men li va kite zwazo vivan an vin lage pou l lib deyò lavil la nan yon chan byen laj. Konsa li va fè ekspiyasyon pou kay la, e kay la va vin pwòp.”
LEV 14:54 Sa se lalwa pou nenpòt mak lalèp kanni— menm pou yon kal
LEV 14:55 epi pou yon rad oswa yon kay avèk lalèp kanni,
LEV 14:56 epi pou yon enflamasyon, pou yon kal sou po li, ak yon kote ki klere blan—
LEV 14:57 pou enstwi yo lè yo pa pwòp ak lè yo pwòp. Sa se lalwa lalèp la.
LEV 15:1 SENYÈ a osi te pale avèk Moïse avèk Aaron. Li te di yo:
LEV 15:2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè yon moun vin gen yon ekoulman nan kò li, ekoulman li an pa pwòp.
LEV 15:3 Sila a, anplis, dwe pa pwòp nan ekoulman li an; li pa pwòp, menm si kò li kite ekoulman an koule, oswa li anpeche ekoulman an koule.
LEV 15:4 “‘Tout kabann kote moun avèk ekoulman an kouche a va vin pa pwòp; e lè l chita sou nenpòt bagay, bagay sa a va vin pa pwòp.
LEV 15:5 Nenpòt moun, anplis, ki touche kabann sa a va lave rad li, benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:6 Nenpòt moun ki chita sou bagay kote nonm avèk ekoulman an te chita a, li va lave rad li, benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:7 “‘Osi, nenpòt moun ki touche moun avèk ekoulman an, li va lave rad li, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:8 “‘Oswa, si gason avèk ekoulman an krache sou yon moun ki pwòp, li osi va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:9 “‘Si moun avèk ekoulman an chita sou nenpòt sèl cheval oswa bèt, li va vin pa pwòp.
LEV 15:10 Nenpòt moun ki touche nenpòt nan bagay ki te anba li va pa pwòp jis rive nan aswè, e sila ki pote yo a, va lave rad li, li va benyen avèk dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:11 “‘Menm jan an, nenpòt moun ke moun ekoulman an touche san ke li pa lave men l nan dlo, li va lave rad li, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:12 “‘Veso tè a ke moun nan te touche a, va kraze, e tout veso an bwa yo, va lave nan dlo.
LEV 15:13 Alò, depi yon moun avèk yon ekoulman vin pwòp e kite ekoulman li an, alò, li va kontwole pou li menm sèt jou pou pirifikasyon li. Li va lave rad li, li va benyen kò li nan dlo k ap koule, e li va vin pwòp.
LEV 15:14 Alò, nan uityèm jou a, li va pran pou li menm de toutrèl oswa de jenn pijon, e vini devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a, pou bay yo a prèt la.
LEV 15:15 Prèt la va ofri yo, youn pou yon ofrann peche, e lòt la pou yon ofrann brile. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a akoz ekoulman li an.
LEV 15:16 “‘Alò, si yon gason ejakile, li va benyen tout kò li nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:17 Nenpòt vètman oswa kwi ki gen spèm, li va lave avèk dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:18 Si yon nonm kouche avèk yon fanm e li ejakile, yo va tou de va benyen nan dlo, e yo va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:19 “‘Lè yon fanm gen yon ekoulman, si ekoulman nan kò li a se san, li va kontinye rete enpi avèk règ li a jis rive sèt jou. Konsa, nenpòt moun ki touche li va pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:20 “‘Anplis, nenpòt kote li kouche pandan règ li a va vin pa pwòp, e nenpòt bagay kote li vin chita va pa pwòp.
LEV 15:21 Nenpòt moun ki touche kabann li va lave rad li. Li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:22 Nenpòt moun ki touche nenpòt bagay kote li chita va lave rad li. Li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:23 Kit se sou kabann nan oswa sou bagay kote li chita, lè li touche li, li va pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:24 “‘Si yon gason vin kouche avèk li pou san an vin sou li, gason an va pa pwòp pandan sèt jou, e tout kabann kote li kouche a va vin pa pwòp.
LEV 15:25 “‘Alò si yon fanm gen yon ekoulman san pandan anpil jou, pa sèlman nan tan règ la, oswa si li gen yon ekoulman anplis fwa sa a, li va kontinye aji kòmsi li gen règ. Li pa pwòp.
LEV 15:26 Nenpòt kabann kote li touche pandan tout jou ekoulman li yo, li va pou li tankou kabann li pandan règ la. Chak bagay kote li chita va vin pa pwòp, tankou pa pwòp a li menm nan tan sa a.
LEV 15:27 Menm jan an, nenpòt moun ki touche yo va vin pa pwòp. Li va lave rad yo, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
LEV 15:28 “‘Lè li vin pwòp de ekoulman li an, li va kontwole pou kont li sèt jou. Apre sa a, li va vin pwòp.
LEV 15:29 Alò, nan uityèm jou a, li va pran pou li menm de toutrèl oswa de jenn pijon e li va mennen yo devan prèt la nan pòtay tant asanble a.
LEV 15:30 Prèt la va ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li menm devan SENYÈ a akoz ekoulman enpi a.
LEV 15:31 “‘Konsa, nou va kenbe fis Israël yo apa de pa pwòp yo, pou yo pa mouri akoz salte ki ta konwonpi tabènak Mwen ki pami yo a.’”
LEV 15:32 Sa se lalwa pou sila ki gen ekoulman an, ak pou gason ki gen yon ejakilasyon spèm ki fè l vin pa pwòp la,
LEV 15:33 epi pou yon fanm ki malad akoz règ ki pa pwòp li a, ak pou sila ki gen ekoulman an, kit li mal kit li femèl, oswa yon nonm ki kouche avèk yon fanm ki pa pwòp.
LEV 16:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse apre lanmò fis Aaron yo, lè yo te pwoche prezans SENYÈ a e yo te mouri an.
LEV 16:2 SENYÈ a te di a Moïse: “Di frè ou a, Aaron, ke li pa pou antre nan nenpòt lè nan lye sen an anndan vwal la, devan twòn ekspiyatwa a ki sou lach la, oswa li va mouri; paske Mwen va parèt nan nwaj la sou twòn pwopiyatwa a.
LEV 16:3 “Aaron va antre nan lye sen an avèk yon towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile.
LEV 16:4 Li va mete sou li tinik sen an. Li va mete sou li pantalon fèt an len yo, ak sou-vètman an len ki va toupre kò li a, epi li va mare senti li an len, e li va abiye avèk tiban len an. Sa yo se vètman sen yo. Li va benyen kò li nan dlo, e li va vin abiye ak yo.
LEV 16:5 Li va pran soti nan asanble Israël la de mal kabrit kòm yon ofrann peche ak yon belye kòm yon ofrann brile.
LEV 16:6 “Konsa, Aaron va ofri towo a kòm ofrann peche ki pou li menm nan, pou li kapab fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li.
LEV 16:7 Li va pran de kabrit yo, e li va prezante yo devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a.
LEV 16:8 Aaron va fè tiraj osò pou de kabrit sa yo, yon osò pou SENYÈ a, e lòt osò a pou kabrit ekspiyatwa a.
LEV 16:9 Alò, Aaron va ofri kabrit la sou sila osò SENYÈ a tonbe a, e fè li vin yon ofrann peche.
LEV 16:10 Men kabrit la sou sila osò kabrit ekspiyatwa a vin tonbe a, li va vin prezante vivan devan SENYÈ a, pou fè ekspiyasyon sou li, e pou voye li nan dezè a kòm kabrit ekspiyatwa a.
LEV 16:11 “Alò Aaron va ofri towo ofrann peche ki pou li menm nan, li va fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li, e li va touye towo ofrann peche ki pou li menm nan.
LEV 16:12 Li va pran yon plato pou resevwa san ki ranpli avèk chabon cho ki sòti sou lotèl la devan SENYÈ a, de men plen avèk lansan dous moulen byen fen, e mennen li anndan vwal la.
LEV 16:13 Li va mete lansan an sou dife a devan SENYÈ a, pou nwaj lafimen lansan an kapab kouvri twòn ekspiyatwa ki sou lach temwayaj la; otreman, li va mouri.
LEV 16:14 Anplis, li va pran kèk nan san towo a e li va flite li avèk dwèt li sou twòn pwopiyatwa sou kote lès la; anplis, pa devan nan twòn pwopiyatwa a, li va flite kèk nan san an avèk dwèt li sèt fwa.
LEV 16:15 “Epi li va touye kabrit ofrann peche ki pou pèp la. Li va mennen san li anndan vwal la, e li va fè avèk san li jan li te fè avèk san towo a. Li va flite li sou twòn pwopiyatwa a.
LEV 16:16 Li va fè ekspiyasyon pou lye sen an akoz salte fis Israël yo, akoz transgresyon pa yo avèk tout peche yo. Konsa, li va fè pou tant asanble ki rete avèk yo nan mitan tout salte pa yo.
LEV 16:17 Lè li antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, pèsòn pa pou nan tant asanble a jiskaske li sòti, pou li kapab fè ekspyasyon an pou li menm, pou lakay li, ak pou tout asanble Israël la.
LEV 16:18 “Konsa, li va ale deyò vè lotèl ki devan SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou li. Li va pran kèk nan san towo a, san kabrit la pou mete li sou kòn yo sou tout kote nan lotèl la.
LEV 16:19 Avèk dwèt li, li va flite kèk nan san an sou li sèt fwa pou fè l vin pwòp, soti nan salte a fis Israël yo, e konsakre li.
LEV 16:20 “Lè li fin fè ekspiyasyon pou lye sen an, tant asanble a, ak lotèl la, li va ofri kabrit vivan an.
LEV 16:21 Alò, Aaron va poze de men li sou tèt kabrit vivan an, e li va konfese sou li tout inikite a fis Israël yo, tout transgresyon pa yo selon tout peche yo. Li va poze yo sou tèt kabrit la e li va voye li nan dezè a pa men yon moun ki prepare pou sa.
LEV 16:22 Kabrit la va pote sou li menm tout inikite pa yo pou rive nan yon peyi izole. Li va lage kabrit la nan dezè a.
LEV 16:23 “Epi Aaron va vini nan tant asanble a pou retire vètman len ke li te mete lè li te antre nan lye sen an, e li va kite yo la.
LEV 16:24 Li va benyen kò li avèk dlo nan yon lye sen. Li va mete vètman li yo pou vin parèt e ofri ofrann brile pa li avèk ofrann brile ki pou pèp la, epi pou fè ekspiyasyon pou li menm ak pou pèp la.
LEV 16:25 Li va ofri nan lafimen grès ofrann peche a sou lotèl la.
LEV 16:26 “Sila ki te lage kabrit la kòm kabrit ekspiyasyon an, gen pou lave rad li, e benyen kò li avèk dlo. Alò apre, li va antre nan kan an.
LEV 16:27 Men towo ofrann peche a ak kabrit ofrann peche a, san sila li te mennen antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, va vin pote deyò lavil la. Li va brile po yo, chè yo, avèk poupou yo nan dife.
LEV 16:28 Epi sila ki brile yo a, va lave rad li, benyen kò l nan dlo, e apre, li va vin antre nan kan an.
LEV 16:29 “Sa va yon règleman pou tout tan pou nou: nan setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou va imilye nanm nou. Nou p ap fè okenn travay, ni pou moun peyi a, ni pou etranje ki demere pami nou yo.
LEV 16:30 Paske se nan jou sa a ke ekspiyasyon an va fèt pou nou pou fè nou vin pwòp. Nou va netwaye de tout peche nou yo devan SENYÈ a.
LEV 16:31 Se va yon Saba repo solanèl pou nou, pou nou kapab vin imilye nanm nou. Sa se yon règleman ki pou tout tan.
LEV 16:32 Alò prèt ki onksyone e òdone pou sèvi kòm prèt nan plas papa li a va fè ekspiyasyon an. Li va abiye ak vètman len yo, vètman sen yo.
LEV 16:33 Konsa, li va fè ekspiyasyon pou sanktyè sen an, e li va fè ekspiyasyon pou tant asanble a ak pou lotèl la. Li va osi fè ekspiyasyon pou prèt yo ak pou tout pèp asanble a.
LEV 16:34 “Alò, nou va gen sa kòm yon règleman pou tout tan, pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo pou tout peche pa yo, yon fwa chak ane.” Epi jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa sa te fèt.
LEV 17:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 17:2 “Pale avèk Aaron, avèk fis li yo e ak tout fis Israël yo. Di yo: ‘Se sa ke SENYÈ a te kòmande e te di:
LEV 17:3 “Nenpòt moun ki sòti lakay Israël ki touye yon bèf oswa yon jenn mouton, oswa yon kabrit nan kan an, oswa touye li deyò kan an,
LEV 17:4 epi ki pa t pote li nan pòtay tant asanble a pou prezante li kòm yon ofrann a SENYÈ a devan tabènak SENYÈ a, koupabilite vèse san an va kontwole sou moun sila a. Li te vèse san e moun sa a va koupe retire de pèp li a.
LEV 17:5 Rezon pou sa a se pou pèmèt fis Israël yo pote sakrifis ke y ap fè nan gran chan yo, pou yo kapab pote yo antre vè SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a vè prèt la, e pou fè sakrifis yo kòm sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a.
LEV 17:6 Prèt la va flite san an sou lotèl SENYÈ a nan pòtay tant asanble a, e li va ofri grès la nan lafimen kòm yon bagay santi bon bay SENYÈ a.
LEV 17:7 Yo p ap fè sakrifis yo ankò bay kabrit a zidòl demon avèk sila yo fè jwèt pwostitisyon yo. Sa se yon règleman pou tout jenerasyon pa yo.”’”
LEV 17:8 “Epi ou va di yo: ‘Nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami nou yo, ki ofri yon ofrann brile oswa yon sakrifis,
LEV 17:9 epi ki pa mennen li nan pòtay tant asanble a pou ofri li bay SENYÈ a, moun sila a osi va koupe retire de pèp li a.
LEV 17:10 “‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’
LEV 17:11 Paske vi a chè a se nan san an, e Mwen te bannou li sou lotèl la pou fè ekspiyasyon pou nanm nou; paske se san li ye, akoz lavi ki fè ekspiyasyon an.
LEV 17:12 Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: ‘Pèsòn pami nou pa pou bwè san, ni okenn etranje ki rete pami nou p ap kab bwè san.’
LEV 17:13 “Pou sa, lè yon moun pami fis Israël yo oswa nan etranje ki rete pami yo, ki nan fè lachas kenbe yon bèt oswa yon zwazo ki kapab manje, li va vide san li e kouvri li avèk tè.
LEV 17:14 Paske lavi tout chè, se san li ki lavi li. Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: “Nou pa pou bwè san de okenn nan chè yo, paske lavi tout chè se san li. Nenpòt moun ki bwè li, va koupe retire.
LEV 17:15 “Lè yon moun manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt kit li se yon moun peyi a, oswa yon etranje, li va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Konsa, li va vin pwòp.
LEV 17:16 Men si li pa lave oswa benyen kò li, li va pote koupabilite li.”
LEV 18:1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 18:2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
LEV 18:3 Pinga nou fè sa ki te fèt nan peyi Égypte kote nou te rete a, ni pinga nou fè sa ki fèt nan peyi Canaan kote Mwen ap mennen nou an. Pinga nou mache nan règleman pa yo.
LEV 18:4 Se pou nou aji selon jijman pa M e kenbe règleman pa M, pou mache nan yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
LEV 18:5 Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo. Mwen se SENYÈ a.
LEV 18:6 “‘Pinga okenn nan nou pwoche okenn fanmi de san nou pou dekouvri nidite li: Mwen se SENYÈ a.
LEV 18:7 “‘Nou pa pou dekouvri nidite papa nou, ni nidite a manman nou. Li se manman nou; nou pa pou dekouvri nidite li.
LEV 18:8 “‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm papa nou. Li se nidite a papa nou.
LEV 18:9 “‘Nidite a sè nou, oswa fi papa nou, oswa fi manman nou, kit li fèt nan kay la, kit li fèt deyò; nidite pa yo, nou pa pou dekouvri yo.
LEV 18:10 “‘Nidite fi a fis nou, oswa fi a fi nou; nidite yo, nou pa pou dekouvri yo; paske nidite pa yo se pa nou.
LEV 18:11 “‘Nidite a pitit fi madanm a papa nou, fèt pou papa nou, li se sè nou, nou pa pou dekouvri nidite li.
LEV 18:12 “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè papa nou. Li se pwòp relasyon san papa nou.
LEV 18:13 “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, paske li se pwòp san manman nou.
LEV 18:14 “‘Nou pa pou dekouvri nidite frè papa nou. Nou pa pou pwoche madanm li. Li se matant nou.
LEV 18:15 “‘Nou pa pou dekouvri nidite bèlfi nou. Li se madanm a fis nou. Nou pa pou dekouvri nidite li.
LEV 18:16 “‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm frè nou. Li se nidite a frè nou.
LEV 18:17 “‘Nou pa pou dekouvri nidite a yon fanm avèk fi li. Ni nou pa pou pran fi a fis li, ni fi a fi li, pou dekouvri nidite li. Yo se relasyon san. Sa vrèman lèd.
LEV 18:18 “‘Nou pa pou marye yon fanm ansanm avèk sè li pou fè jalouzi pandan sè li toujou vivan an, pou dekouvri nidite li.
LEV 18:19 “‘Osi nou pa pou pwoche yon fanm pou dekouvri nidite li pandan règ li fè l pa pwòp.
LEV 18:20 “‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.
LEV 18:21 “‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a.
LEV 18:22 “‘Nou pa pou kouche avèk yon gason jan yon moun ta kouche avèk yon fanm. Li se yon abominasyon.
LEV 18:23 “‘Osi, nou pa pou fè zak seksyèl avèk okenn bèt pou nou ta vin degrade avèk li. Ni okenn fanm pa pou kanpe devan yon bèt pou kwaze avèk li. Sa se yon pèvèsyon.
LEV 18:24 “‘Pa konwonpi tèt nou avèk okenn nan bagay sa yo; paske, se pou tout bagay sa yo, nasyon ke Mwen ap mete deyò devan nou yo, te vin konwonpi.
LEV 18:25 Paske peyi a gen tan vin konwonpi. Pou sa, Mwen te fè pinisyon li rive sou li, jiskaske peyi a vin krache moun ki rete la yo, mete yo deyò.
LEV 18:26 Men pou nou, se pou nou kenbe règleman Mwen yo, jijman Mwen yo, e pa fè okenn nan abominasyon sa yo, ni moun peyi a, ni etranje ki viv pami nou yo
LEV 18:27 (paske moun peyi a ki te devan nou yo, te fè tout abominasyon sa yo, e peyi a te vin konwonpi);
LEV 18:28 pou peyi a pa krache mete nou deyò, si nou ta vin konwonpi li, tankou li te krache mete deyò nasyon ki te devan nou yo.
LEV 18:29 “‘Paske nenpòt moun ki fè okenn nan abominasyon sa yo, moun sa yo va vin koupe retire de pèp li a.
LEV 18:30 Konsa, se pou nou kenbe lòd Mwen, pou nou pa pratike okenn nan abitid abominab ki te konn fèt avan nou yo, pou nou pa konwonpi tèt nou avèk yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye Nou an.’”
LEV 19:1 Alò, SENYÈ a te pale ak Moïse. Li te di:
LEV 19:2 “Pale avèk tout asanble a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va sen, paske Mwen menm, SENYÈ a, Bondye nou an, Mwen sen.
LEV 19:3 “‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
LEV 19:4 “‘Pa vire vè zidòl yo, ni fè pou nou menm dye metal fonn yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
LEV 19:5 “‘Alò, lè nou ofri yon sakrifis lapè bay SENYÈ a, nou va ofri li pou nou kapab vin aksepte.
LEV 19:6 Li va manje nan menm jou ke nou ofri li a, ak jou apre a. Si gen ki rete jis nan twazyèm jou a, li va vin brile avèk dife.
LEV 19:7 Konsa, si li ta manje menm nan twazyèm jou a, sa se yon ofans. Li p ap aksepte.
LEV 19:8 Tout sila ki manje li yo, va pote inikite li, paske li te degrade bagay sen SENYÈ a. Konsa, moun sa a va koupe retire de pèp li a.
LEV 19:9 “‘Alò, lè nou fè rekòlt nan tè nou, nou p ap rekòlte rive jis nan kwen chan an, ni nou p ap ranmase ti rès ki tonbe a.
LEV 19:10 Ni nou p ap ranmase ti rès fwi nan chan rezen nou yo. Nou va kite yo pou malere yo ak etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
LEV 19:11 “‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.
LEV 19:12 “‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
LEV 19:13 “‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.
LEV 19:14 “‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
LEV 19:15 “‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.
LEV 19:16 “‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an. Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.
LEV 19:17 “‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.
LEV 19:18 “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.
LEV 19:19 “‘Se pou nou kenbe règleman Mwen yo. Nou pa pou fè kwazman de ras bèf. Nou pa pou plante chan nou avèk de kalite grenn; Ni pou abiye ak yon vètman ki gen de kalite twal ki mele ansanm.
LEV 19:20 “‘Alò, si yon nonm kouche nan zak seksyèl avèk yon fanm ki se yon esklav ki te pwomèt pou yon lòt gason, men ki pa t peye ranson li, ni pa t bay li libète l, li va pini. Malgre sa, yo p ap mete li a lanmò, paske li pa t lib.
LEV 19:21 Gason an va pote ofrann koupab li devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a; yon belye pou ofrann koupab la.
LEV 19:22 Prèt la va fè ekspiyasyon pou li avèk belye ofrann koupab la devan SENYÈ a pou peche ke li te fè a, e selon peche ke li te fè a, li va vin padone.
LEV 19:23 “‘Lè nou antre nan peyi sa a, e plante tout kalite bwa pou manje, alò, nou va kontwole premye fwi pa yo kòm entèdi. Pandan twazan, li va entèdi a nou menm. Li p ap pou manje.
LEV 19:24 Nan katriyèm ane a, tout fwi li yo va vin sen. Yo va vin yon ofrann lwanj bay SENYÈ a.
LEV 19:25 Nan senkyèm ane a, nou gen pou manje nan fwi li, pou donn li kapab vin anpil pou nou menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
LEV 19:26 “‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.
LEV 19:27 “‘Nou pa pou koupe kwen cheve tèt nou, ni taye sou kote bab nou.
LEV 19:28 “‘Nou pa pou koupe kò nou pou moun mouri yo, ni fè tatou sou kò nou: Mwen se SENYÈ a.
LEV 19:29 “‘Pa degrade pwòp fi nou pou fè l vin yon pwostitiye, sòf ke peyi a menm ta tonbe nan pwostitisyon, e ranpli avèk tout kalite bagay lèd.
LEV 19:30 “‘Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.
LEV 19:31 “‘Pa vire bò kote moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo. Pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
LEV 19:32 “‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo. Nou va bay lonè a granmoun yo. Nou va gen lakrent pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
LEV 19:33 “‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò.
LEV 19:34 Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
LEV 19:35 Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite.
LEV 19:36 Fòk balans nou yo jis, e pèz pwa nou yo jis; yon efa (22 lit) ki jis, e yon in (36 lit) ki jis. Mwen se SENYÈ nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la.
LEV 19:37 “‘Se konsa nou va obsève tout règleman Mwen yo ak tout òdonans Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.’”
LEV 20:1 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
LEV 20:2 “Ou va osi di a fis Israël yo: ‘Nenpòt moun nan fis Israël yo, oswa nan etranje ki rete an Israël yo ki bay nenpòt nan pitit li yo a Moloc, li va vrèman vin mete a lanmò. Pèp peyi a va lapide moun sa a avèk kout wòch.
LEV 20:3 Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a. Mwen va koupe retire li de pèp li a, akoz li te bay nan pitit li bay Moloc pou konwonpi sanktyè Mwen an, e degrade non sen Mwen an.
LEV 20:4 Men si moun nan peyi a ta janm tolere moun sa a lè li bay nan pitit li yo bay Moloc, e pa mete l a lanmò,
LEV 20:5 alò, Mwen menm va mete figi Mwen kont moun sila a ak kont fanmi li, e Mwen va koupe retire de pèp li a; non sèlman li menm, men tout sila ki jwe pwostitiye dèyè li yo, lè yo jwe pwostitiye dèyè Moloc.
LEV 20:6 “‘Epi pou moun ki vire vè moun k ap fè kontak ak mò yo, ki swiv lespri dyab yo, pou yo jwe pwostitiye avèk yo, Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a e Mwen va koupe retire li de pèp li a.
LEV 20:7 “‘Konsa, nou va konsakre nou menm e nou va rete sen, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
LEV 20:8 “‘Nou va kenbe règleman Mwen yo, e nou va swiv yo. Mwen se SENYÈ a ki fè nou sen an.
LEV 20:9 “‘Si yon moun anmède papa li oswa manman li, li va vrèman vin mete a lanmò. Li te anmède papa li oswa manman li. Koupabilite san li rete sou li.
LEV 20:10 “‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè a avèk fanm adiltè a va vrèman vin mete a lanmò.
LEV 20:11 “‘Si yon nonm vin kouche avèk madanm a papa li, li te dekouvri nidite a papa li. Yo tou de va vin mete a lanmò. Koupabilite san yo rete sou yo.
LEV 20:12 “‘Si gen yon nonm ki kouche avèk bèlfi li, tou de va vin mete a lanmò. Yo te fè ensès; koupabilite san an sou yo.
LEV 20:13 “‘Si gen yon gason ki kouche avèk yon lòt gason, menm jan ke li ta kouche avèk yon fanm, tou de te fè yon zak abominab. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san yo sou yo.
LEV 20:14 “‘Si gen yon mesye ki marye avèk yon fanm ansanm ak manman li, sa se konwonpi. Yo tout va brile avèk dife pou mechanste pa rete nan mitan nou.
LEV 20:15 “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon bèt, li va vrèman vin mete a lanmò. Nou va anplis touye bèt la.
LEV 20:16 “‘Si gen yon fanm ki vin pwoche yon bèt pou kouche avèk li, nou va touye fanm nan ansanm ak bèt la. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san an sou yo.
LEV 20:17 “‘Si yon mesye pran sè li, oswa fi a papa li, oswa fi a manman li, pou l wè nidite li, epi li wè nidite li, sa se yon gwo wont. Yo va koupe retire devan zye a fis pèp Israël la. Li te dekouvri nidite sè li. Li pote koupabilite pa l.
LEV 20:18 “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon fanm sou règ li e dekouvri nidite li, li te vin dekouvri flèv li, e li te fè flèv san li vin parèt. Pou sa, tou de va koupe retire de pèp pa yo a.
LEV 20:19 “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, ni sè papa nou, paske yon nonm konsa te fè nidite a fanmi de san li vin parèt. Yo va pote koupabilite yo.
LEV 20:20 “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk madanm tonton li, li te dekouvri nidite tonton li. Yo va pote peche yo. Yo va mouri san fè pitit.
LEV 20:21 “‘Si gen yon mesye ki pran madanm a frè li, sa se abominab. Li te dekouvri nidite a frè li. Yo p ap janm fè pitit.
LEV 20:22 “‘Konsa, nou gen pou kenbe tout règleman ak tout òdonans Mwen yo e fè yo, pou peyi kote M ap mennen nou pou viv la, pa krache mete nou deyò.
LEV 20:23 Anplis, nou pa pou swiv koutim nasyon sa yo ke Mwen va pouse fè sòti devan nou yo, paske yo te fè tout bagay sa yo, e konsa, Mwen te vin rayi yo.
LEV 20:24 Konsa Mwen te di nou: “Nou dwe posede peyi pa yo a, e Mwen menm va bannou li pou posesyon, yon peyi k ap koule lèt ak siwo myèl.” Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mete nou apa de lòt pèp yo.
LEV 20:25 “‘Se konsa ke nou gen pou distenge antre bèt ki pwòp ak bèt ki pa pwòp, e antre zwazo ki pa pwòp ak sa ki pwòp la. Nou pa pou fè tèt nou vin abominab ni pa bèt, ni pa zwazo, ni pa sa ki trennen atè reptil ke Mwen te separe pou nou kòm pa pwòp.
LEV 20:26 Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.
LEV 20:27 “‘Alò, yon nonm oswa yon fanm ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch. Koupabilite san rete sou yo.’”
LEV 21:1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk prèt yo, fis Aaron yo. Di yo konsa: ‘Pèsòn pa pou konwonpi kò l avèk yon moun mouri pami pèp li a,
LEV 21:2 sof pou fanmi ki pi prè li yo, tankou manman l, papa l, fis li, fi li ak frè li,
LEV 21:3 ak pou sè vyèj li, ki prè li, ki pa t gen mari. Pou sila a, li kapab konwonpi kò l.
LEV 21:4 Li pa pou konwonpi kò l, akoz li se yon gwo chèf pami pèp li a, e konsa, pou vin degrade tèt li.
LEV 21:5 “‘Yo pa pou fè tèt yo kale, ni taye bab yo, ni fè okenn blese nan chè yo.
LEV 21:6 Yo va rete sen a Bondye pa yo a, e yo p ap konwonpi non Bondye pa yo a, paske se yo ki prezante ofrann dife bay SENYÈ a, manje pou Bondye pa yo a. Alò, fòk yo sen.
LEV 21:7 “‘Yo pa pou pran yon fanm ki degrade kòm pwostitiye, ni yo pa pou pran yon fanm ki divòse avèk mari li; paske li sen a Bondye pa li a.
LEV 21:8 Konsa, nou va konsakre li, paske li ofri ou manje Bondye nou an. Li va sen pou nou, paske Mwen, SENYÈ ki sanktifye nou an, Mwen sen.
LEV 21:9 “‘Fi a nenpòt prèt, si li degrade tèt li kòm pwostitiye, li degrade papa li. Li va brile nan dife.
LEV 21:10 “‘Prèt ki se wo prèt pami frè li yo, sou tèt sila lwil onksyon an te vide a, e sila ki te konsakre pou abiye avèk vètman yo, pa pou dekouvri tèt li, ni chire rad li.
LEV 21:11 Li pa pou pwoche okenn moun mouri, ni konwonpi tèt li menm si se pou papa li oswa manman li.
LEV 21:12 Li pa pou sòti nan sanktyè a, ni konwonpi sanktyè Bondye li a, paske konsekrasyon lwil sen an sou li. Mwen se SENYÈ a.
LEV 21:13 “‘Li va pran yon madanm ki vyèj.
LEV 21:14 Yon vèv, oswa yon fanm divòse, oswa youn ki degrade kòm pwostitiye, sa yo, li pa kapab pran yo. Men okontrè, fòk li marye ak yon vyèj pami pwòp pèp pa li a.
LEV 21:15 Li pa pou degrade desandan li yo pami pwòp pèp li a, paske Mwen se SENYÈ ki fè li sen an.’”
LEV 21:16 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 21:17 “Pale avèk Aaron. Di l: ‘Okenn moun pami nou ki gen yon defo fizik p ap pwoche pou ofri manje bay Bondye li a.
LEV 21:18 Paske nenpòt moun ki gen yon defo p ap pwoche: yon nonm avèg, yon bwate, yon nonm ki gen figi defòme, oswa okenn manm kò defòme,
LEV 21:19 yon nonm pye kase oswa men kase,
LEV 21:20 yon moun ki gen boul nan do oswa kata, oubyen yon moun ki gen defo nan zye li, oswa ekzema nan po, kal oswa boul grenn ki donmaje.
LEV 21:21 Okenn moun nan ras Aaron, prèt ki gen defo pa pou pwoche pou fè ofrann SENYÈ a pa dife. Akoz li gen yon defo, li pa pou pwoche pou ofri pen ki pou Bondye li a.
LEV 21:22 Li kapab manje pen Bondye li a, ni sa ki sen pase tout bagay yo, avèk sa ki sen an.
LEV 21:23 Se sèlman, li pa pou antre anndan vwal la, ni toupre lotèl la akoz ke li gen yon defo, pou li pa konwonpi sanktyè Mwen yo. Paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”
LEV 21:24 Alò, Moïse te pale avèk Aaron, a fis li yo, e a tout fis Israël yo.
LEV 22:1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 22:2 Di Aaron avèk fis li yo pou separe yo de bagay sen ki pou fis Israël yo, ke yo dedye kon sen de Mwen yo, epi pou yo pa derespekte non sen Mwen an. Mwen se SENYÈ a.
LEV 22:3 “Di yo ke: ‘Si nenpòt moun pami tout jenerasyon nou yo vin pwoche de bagay sen yo, ke fis Israël yo te dedye bay SENYÈ a pandan li pa pwòp, moun sa a va koupe retire devan M. Mwen se SENYÈ a.
LEV 22:4 “‘P ap gen yon nonm pami desandan Aaron yo ki gen lalèp oswa yon ekoulman ki kapab manje nan bagay sen yo jiskaske li vin pwòp. Konsa, si youn vin touche nenpòt bagay ki fèt pa pwòp pa yon moun mouri, oswa si yon nonm vin fè yon ekoulman,
LEV 22:5 oswa, si yon mesye vin touche nenpòt nan bèt ki trennen atè, oswa nenpòt moun ki fè l vin pa pwòp, nenpòt sa ki fè l pa pwòp;
LEV 22:6 ke yon moun ki touche nenpòt kalite bagay konsa va pa pwòp jis rive nan aswè, e li p ap kab patisipe nan manje nan bagay sen yo sof ke li benyen kò l nan dlo.
LEV 22:7 Men lè solèy la kouche, li va pwòp. Konsa, apre, li ka manje nan bagay sen yo, paske se manje li.
LEV 22:8 Li pa pou manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt, pou fè l vin pa pwòp.
LEV 22:9 “‘Konsa, yo va kenbe lòd Mwen, pou yo pa pote peche akoz li, e mouri konsa si yo souye li. Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.
LEV 22:10 “‘Okenn etranje pa pou manje kado sen an. Yon vwayajè k ap rete ak prèt la, oswa yon ouvriye pa pou manje nan kado sen an.
LEV 22:11 Men si yon prèt achte yon esklav kòm pwòp byen pa li, avèk pwòp lajan pa li, sila a kapab manje nan li, e sila ki te ne nan kay li yo kapab manje manje li.
LEV 22:12 Si fi a yon prèt vin marye avèk yon moun ki pa prèt, li pa pou manje nan kado ofrann yo.
LEV 22:13 Men si fi a yon prèt vin vèv, oswa divòse, e pa gen pitit, si li vin retounen lakay papa li, tankou lè l te jèn, li va manje nan manje papa li; men moun deyò p ap kab manje li.
LEV 22:14 “‘Men si yon nonm manje yon kado sen san konnen, alò, li va mete sou fòs li yon senkyèm anplis valè li, e li va bay kado sen an bay prèt la.
LEV 22:15 Yo pa pou degrade kado sen ki pou fis Israël yo, ke yo ofri bay SENYÈ a,
LEV 22:16 epi konsa, fè yo pote pinisyon pou koupabilite akoz manje nan kado sen pa yo; paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”
LEV 22:17 Alò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
LEV 22:18 “Pale avèk Aaron, ak fis li yo, epi tout fis Israël yo. Di yo: ‘Nenpòt moun nan kay Israël la oswa pami etranje yo nan Israël ki prezante ofrann li, sof ke se youn nan ofrann sèman yo oswa ofrann bòn volonte yo, ke yo prezante bay SENYÈ a kòm yon ofrann brile—
LEV 22:19 pou nou ta aksepte li—li oblije ke se yon mal san defo ki sòti nan bèf, mouton, oswa kabrit.
LEV 22:20 Nenpòt bèt ki gen defo, nou pa pou ofri li, paske li p ap akseptab pou nou.
LEV 22:21 Lè yon moun ofri yon sakrifis lapè bay SENYÈ a pou ranpli yon ve espesifik, oswa yon ofrann bòn volonte ki sòti nan bann mouton oswa nan twoupo, fòk li bon nèt pou l kapab aksepte. Li pa pou gen defo menm nan li.
LEV 22:22 Sila ki avèg yo, ki gen zo kase, oswa donmaje yo, sila ki gen maleng ekoulman, ekzema, oswa kal yo, nou pa pou ofri yo bay SENYÈ a, ni fè yon ofrann pa dife sou lotèl bay SENYÈ a.
LEV 22:23 Pou yon bèf, oswa yon jenn ti mouton ki gen youn nan manm li ki pi gwo oswa pi piti ke lòt yo, nou kapab prezante li kòm yon ofrann bòn volonte, men kòm yon ofrann ve, li p ap aksepte.
LEV 22:24 Osi, nenpòt nan yo avèk boul grenn li brize oswa kraze, chire oswa koupe, nou pa pou ofri li bay SENYÈ a, ni fè sakrifis avèk li nan peyi nou an.
LEV 22:25 Ni nou p ap aksepte anyen ki konsa nan men a yon etranje kòm yon ofrann manje pou Bondye nou an, paske yo konwonpi. Yo gen defo. Yo pa pou aksepte pou nou.’”
LEV 22:26 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di:
LEV 22:27 “Lè yon bèf oswa yon mouton, oswa yon kabrit vin fèt, li va rete pandan sèt jou avèk manman li. Men depi nan uityèm jou a, li va vin aksepte kòm yon sakrifis pou yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
LEV 22:28 Menm si se yon bèf, oswa yon mouton, nou pa pou touye li ansanm avèk pitit li nan yon sèl jou.
LEV 22:29 “Lè nou ofri yon sakrifis pou remèsiman bay SENYÈ a, nou va fè sakrifis la yon jan pou l aksepte.
LEV 22:30 Li va manje nan menm jou a, nou pa pou kite anyen de li pou rive jis nan maten. Mwen se SENYÈ a.
LEV 22:31 “Konsa nou va kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.
LEV 22:32 Nou pa pou degrade non sen Mwen an, men Mwen va sen pami fis Israël yo. Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an,
LEV 22:33 ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la, pou vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a.”
LEV 23:1 SENYÈ a te pale ankò avèk Moïse. Li te di:
LEV 23:2 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Fèt chwazi SENYÈ a, ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen yo—fèt chwazi Mwen yo se sa yo.
LEV 23:3 “‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.
LEV 23:4 “‘Sa yo se lè fèt chwazi pou SENYÈ a, konvokasyon sen ke nou va pwoklame nan lè ki apwente pou yo.
LEV 23:5 Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a.
LEV 23:6 Alò, nan kenzyèm jou nan menm mwa sa a, fèt Pen San Ledven pou SENYÈ a ap fèt. Pandan sèt jou, nou va manje pen san ledven.
LEV 23:7 Nan premye jou a, nou va gen yon konvokasyon sen. Nou p ap fè okenn travay di.
LEV 23:8 Men pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan setyèm jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.’”
LEV 23:9 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 23:10 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi ke Mwen ap bannou pou fè rekòlt li a, alò, nou va pote premye pake a kòm premye fwi rekòlt la bay prèt la.
LEV 23:11 Li va fè sign voye pake a anlè devan SENYÈ a pou nou, pou l kapab aksepte. Nan jou apre Saba a, prèt la va voye li anlè.
LEV 23:12 Alò, nan jou lè nou voye pake a anlè a, nou va ofri yon jenn mouton ki gen laj ennan(1 an) ki san defo pou yon ofrann brile bay SENYÈ a.
LEV 23:13 Ofrann sereyal li, alò, va 2 dizyèm yon efa farin melanje avèk lwil, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, yon bagay santi bon, avèk ofrann bwason li, yon ka in diven.
LEV 23:14 Jis rive nan jou sa a, jiskaske nou pote ofrann Bondye nou an, nou pa pou manje ni pen, ni sereyal boukannen, ni nouvo tij vèt. Sa dwe rete yon règleman ki la pou tout tan pami tout jenerasyon nou yo, nan tout domisil nou yo.
LEV 23:15 “‘Nou va osi kontwole pou kont nou sèt jou Saba yo, soti nan jou ke nou te pote premye pake ofrann voye anlè a: va gen sèt Saba konplè.
LEV 23:16 Nou va kontwole senkant jou jis rive nan jou apre setyèm Saba a, epi nou va prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a.
LEV 23:17 Nou va pote soti nan domisil nou yo de (2) pen kòm yon ofrann voye anlè, ki fèt avèk de dizyèm yon efa. Yo va fèt avèk farin fen, kwit avèk ledven kòm premye fwi bay SENYÈ a.
LEV 23:18 Ansanm avèk pen an, nou va prezante sèt jenn mouton nan laj 1 nan, mal san defo, ak yon towo twoupo avèk de belye. Yo dwe yon ofrann brile bay SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, yon ofrann pa dife ki dous e santi bon a SENYÈ a.
LEV 23:19 Nou va osi ofri yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, ak de mal mouton ki gen laj 1 nan kòm yon sakrifis ofrann lapè.
LEV 23:20 Konsa, prèt la va voye yo anlè avèk pen premye fwi yo kòm yon ofrann voye anlè avèk de jenn mouton yo devan SENYÈ a. Yo dwe sen a SENYÈ a pou prèt la.
LEV 23:21 Nan menm jou sa a, nou va osi fè yon pwoklamasyon ke nou va gen yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay di. Se yon règleman pou tout tan nan tout domisil nou yo pandan tout jenerasyon nou yo.
LEV 23:22 “‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la. Se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
LEV 23:23 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 23:24 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va fè yon repo, yon tan pou sonje avèk son twonpèt yo, yon konvokasyon sen.
LEV 23:25 Nou pa pou fè okenn travay di, men nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.’”
LEV 23:26 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 23:27 Nan dizyèm jou nan setyèm mwa sa a, se jou ekspiyasyon an. Li va yon konvokasyon sen pou nou. Nou va imilye nanm nou pou prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
LEV 23:28 Nou pa pou fè okenn travay nan menm jou sa a, paske li se yon jou ekspiyasyon, pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a, Bondye nou an.
LEV 23:29 Si gen yon moun ki refize nye li menm nan jou sa a, li va koupe retire de pèp li a.
LEV 23:30 Pou nenpòt moun ki fè yon travay nan menm jou sa a, moun sa a, Mwen va detwi li pami pèp li a.
LEV 23:31 Nou pa pou travay menm. Se yon règleman k ap dire pandan tout jenerasyon nou yo nan tout kay nou yo.
LEV 23:32 Fòk se yon repo Saba konplè pou nou, e nou va imilye nanm nou. Nan nevyèm jou mwa a nan aswè, nou va obsève Saba nou.
LEV 23:33 Ankò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
LEV 23:34 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan kenzyèm jou nan mwa sa a ki se setyèm mwa a, se Fèt Ti Tonèl Yo pandan sèt jou anvè SENYÈ a.
LEV 23:35 Nan premye jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn kalite travay ki di.
LEV 23:36 Pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan uityèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen e prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Se yon asanble solanèl. Nou pa pou fè okenn travay di.
LEV 23:37 “‘Sa yo se lè chwazi SENYÈ a ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen, pou prezante ofrann dife bay SENYÈ a—ofrann brile ak ofrann sereyal yo, sakrifis yo avèk ofrann bwason yo, zafè chak jou nan pwòp jou pa li—
LEV 23:38 apati Saba sila ki pou SENYÈ yo, apati kado nou yo, apati tout ofrann ve avèk ofrann bòn volonte ke nou bay SENYÈ yo.
LEV 23:39 “‘Byen jis nan kenzyèm jou nan setyèm mwa a, lè nou gen tan antre rekòlt nan peyi a, nou va fete fèt ki pou SENYÈ a pandan sèt jou. Nou va fè yon repo solanèl nan premye jou a, e yon repo solanèl nan uityèm jou a.
LEV 23:40 Alò, nan premye jou a, nou va pran pou nou menm fèy ki sòti nan pyebwa ki bèl yo, branch pal yo avèk branch nan pyebwa ki gen fèy yo, pyebwa ki pann sou kote rivyè a ak ti dlo yo, e nou va rejwi devan SENYÈ a Bondye nou an pandan sèt jou.
LEV 23:41 Nou va selebre li konsa kòm yon fèt bay SENYÈ a pandan sèt jou nan ane a. Sa va yon règleman k ap dire nèt pandan tout jenerasyon nou yo. Nou va selebre li nan setyèm mwa a.
LEV 23:42 Nou va viv nan tonèl yo pandan sèt jou. Tout natif Israël yo va viv nan tonèl yo,
LEV 23:43 pou jenerasyon nou yo kapab vin konnen ke fis Israël yo te viv nan tonèl lè Mwen te mennen yo, fè yo sòti nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
LEV 23:44 Se konsa Moïse te deklare a fis Israël yo tout lè ki te deziye pa Bondye yo.
LEV 24:1 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 24:2 Kòmande fis Israël yo pou yo pote bay ou lwil klè ki sòti nan oliv ki te bat yo, pou limyè, pou fè lanp lan briye san rete.
LEV 24:3 Deyò vwal temwayaj tant asanble a, Aaron va kenbe li an lòd soti nan aswè rive jis nan maten devan SENYÈ a pou tout tan. Sa va yon règleman pandan tout jenerasyon nou yo.
LEV 24:4 Li va kenbe lanp an lòd sou chandelye an lò devan SENYÈ a pou tout tan.
LEV 24:5 Konsa, nou va pran farin fen an e fè douz gato avèk li: de dizyèm pati yon efa va sèvi nan chak gato.
LEV 24:6 Nou va mete yo nan de ranje, sis nan chak ranje, sou tab lò san tach ki devan SENYÈ a.
LEV 24:7 Nou va mete lansan san tach nan chak ranje pou li kapab yon pati komemoratif pou pen an, menm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
LEV 24:8 Chak jou Saba, li va mete li an lòd devan SENYÈ a pou tout tan. Se yon akò k ap dire pou tout tan pou fis Israël yo.
LEV 24:9 Li va pou Aaron avèk fis li yo. Yo va manje li nan yon lye ki sen; paske li sen pase tout ofrann ki soti nan ofrann bay SENYÈ yo, ofrann pa dife, pati pa li pou tout tan.
LEV 24:10 Alò, fis a yon famn Izrayelit avèk yon papa Ejipsyen, te sòti pami fis Israël yo. Konsa, fis a fanm Izrayelit la ak yon mesye peyi Israël te lite youn avèk lòt nan kan an.
LEV 24:11 Fis a fanm Izrayelit la te blasfeme Non Bondye a e li te bay madichon. Pou sa, yo te mennen li vè Moïse. Alò manman li te rele Schelomith, fi a Dibri nan tribi Dan nan.
LEV 24:12 Yo te arete li pou lòd SENYÈ a ta kapab vin klè a yo menm.
LEV 24:13 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse. Li te di:
LEV 24:14 “Mennen sila ki te bay madichon an deyò kan an, kite tout moun ki te tande li yo vin poze men sou tèt li; epi kite tout asanble a lapide li avèk kout wòch.
LEV 24:15 Ou va pale avèk fis Israël yo e di: ‘Si yon moun modi Bondye li a, alò, li va pote peche li.
LEV 24:16 Anplis, sila ki blasfeme non a SENYÈ a va vrèman vin mete a lanmò. Tout asanble a va vrèman lapide li. Etranje oswa natif, lè li blasfeme Non Bondye, li va vin mete a lanmò.
LEV 24:17 “‘Si yon nonm pran lavi a yon Kretyen vivan, li va vrèman vin mete a lanmò.
LEV 24:18 Sila ki pran lavi a yon bèt va fè l bon, lavi pou lavi.
LEV 24:19 Si yon nonm blese vwazen li, menm sa ke li te fè a, va fèt a li menm:
LEV 24:20 zo kase pou zo kase, zye pou zye, dan pou dan. Menm jan ke li te blese yon moun, se konsa ke li va fèt sou li menm.
LEV 24:21 Konsa, sila ki touye yon bèt va fè li bon, men sila ki touye yon moun va vin mete a lanmò.
LEV 24:22 Va gen yon sèl règleman pou nou. Li va pou etranje kòm pou moun peyi a, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
LEV 24:23 Konsa, Moïse te pale a fis Israël yo. Yo te mennen sila ki te modi a deyò kan an, e yo te lapide li avèk kout wòch. Konsa fis Israël yo te fè, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
LEV 25:1 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
LEV 25:2 “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou vini nan peyi ke Mwen va bannou an, alò, tè a va gen yon Saba pou SENYÈ a.
LEV 25:3 Pandan sis ane, nou va plante chan nou yo, e pandan sis ane, nou va netwaye chan rezen an e rasanble pou fè rekòlt li,
LEV 25:4 men pandan setyèm ane a, tè a va gen yon repo Saba, yon Saba pou SENYÈ a. Nou p ap ni plante chan an ni netwaye chan rezen an.
LEV 25:5 Donn nan chan ki grandi pa aza konsa a, nou pa pou rekòlte li, e rezen nou yo ki parèt sou branch ki pa t taye yo, nou pa pou ranmase yo. Tè a va gen yon ane Saba.
LEV 25:6 Konsa, nou tout va gen pwodwi Saba nan peyi a kòm manje nou; nou menm, esklav yo, ni mal ni femèl, anplwaye nou yo, etranje ki rezidan pami nou yo, sila ki viv tankou moun lòt nasyon pami nou yo.
LEV 25:7 Menm bèf nou yo avèk bèt ki nan peyi a va gen tout pwodwi li kòm manje.
LEV 25:8 “‘Nou dwe osi kontwole sèt Saba pa lane yo pou nou menm; sèt fwa sèt ane, jiskaske nou kontwole tan ke sèt Saba nan Saba ekoule yo; otreman, karant-nèf ane.
LEV 25:9 Alò, lè lè sa a rive nou va sone kòn belye a toupatou nan dizyèm jou nan setyèm mwa a. Nan jou ekspiyasyon an, nou va sone yon kòn toupatou nan peyi a.
LEV 25:10 Se konsa, nou va konsakre senkantyèm ane a e pwoklame remisyon toupatou nan peyi a, a tout abitan li yo. Li va yon jibile pou nou, e nou chak va retounen nan pwòp tèren pa nou ak pwòp fanmi pa nou.
LEV 25:11 Nou va gen senkantyèm ane a kòm yon ane jibile. Nou pa pou plante, ni rekòlte sa ki grandi konsa nan tè, ni ranmase fwi ki sòti nan branch ki pa t netwaye yo.
LEV 25:12 Paske se yon jibile; li va sen pou nou. Nou va manje pwodwi li ki sòti nan chan an.
LEV 25:13 “‘Nan ane jibile sila a, nou chak va retounen nan pwòp tè pa nou.
LEV 25:14 “‘Anplis, si nou fè lavant bay zanmi nou, oswa achte nan men zanmi nou, nou pa pou fè tò a youn lòt.
LEV 25:15 Konsènan nonb ane apre jibile yo, konsa, nou va achte nan men zanmi nou. Li dwe vann nou selon nonb ane rekòlt yo ki rete.
LEV 25:16 Nan menm fòs ane ki rete yo, nou va ogmante pri a, e nan menm fòs ane ki manke yo, nou va redwi pri a, paske li se fòs rekòlt ki rete ke l ap vann ou an.
LEV 25:17 Konsa, pinga nou fè tò a youn lòt, men nou va krent Bondye nou an; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
LEV 25:18 “‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou nou kapab viv an sekirite sou tè a.
LEV 25:19 “‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’”
LEV 25:20 “Men si nou ta di: ‘Kisa n ap manje nan setyèm ane a si nou pa ni plante ni rekòlte rekòlt nou yo? Gade byen, nou p ap semen, ni rasanble pwodwi nou;’
LEV 25:21 alò, Mwen va tèlman regle benediksyon Mwen yo pou nou nan sizyèm ane a, pou li kab pote yon rekòlt twazan.
LEV 25:22 Lè nou ap plante nan uityèm ane a, nou kapab toujou manje ansyen bagay a rekòlt yo, e nou va kontinye manje vye a jis rive nan nevyèm ane a lè rekòlt pa li kòmanse antre a.
LEV 25:23 “Tè a, anplis, pa pou vann nèt, paske tè a se pa M; paske nou se sèlman etranje k ap demere avè M.
LEV 25:24 Konsa, nan chak mòso tè ke nou posede, fòk nou fè pwovizyon pou peye ranson tè a.
LEV 25:25 “Si yon moun peyi parèy nou an vin tèlman pòv ke li oblije vann yon pati nan tè li a, alò, se fanmi pi pre li a ki dwe peye ranson ke manm fanmi li te vann nan.
LEV 25:26 Oswa nan ka a yon moun ki pa gen fanmi, men ki tèlman regle zafè li pou twouve ase mwayen pou peye ranson an,
LEV 25:27 alò, li va kalkile ane yo soti lè li te vann nan, e remèt fòs balans sa a moun ke li te vann li an. Konsa li va retounen vin pwòp tèren pa l.
LEV 25:28 Men si li poko twouve ase mwayen pou reprann li pou kont li, alò, sa ke li te vann nan, va rete nan men a sila ki achte li a jis rive nan ane jibile a. Men nan jibile a, li va libere, pou li kapab retounen kon pwòp tè pa li.
LEV 25:29 “Menm jan an, si yon mesye vann yon kay nan yon vil ki antoure avèk miray, alò, dwa pou peye ranson pa l la va dire pou tout 1 nan.
LEV 25:30 Men si li pa peye ranson li an nan 1 nan ki ekoule a, alò, kay ki nan vil antoure avèk miray la va pase nèt bay sila ki te achte li pou tout jenerasyon li yo. Li p ap remèt nan jibile a.
LEV 25:31 Men kay nan vil ki pa antoure avèk miray yo va konsidere kòm chan ouvri; yo gen dwa peye ranson an e yo va remèt nan jibile a.
LEV 25:32 “Men nan vil ki pou Levit yo, Levit yo gen yon dwa pèmanan pou peye ranson nan vil ki se posesyon pa yo.
LEV 25:33 Konsa, sa ki pou Levit yo kapab peye ranson e yon vant kay nan vil posesyon sila a va remèt nan jibile a. Paske vil Levit yo se posesyon pa yo pami fis Israël yo.
LEV 25:34 Men chan pou bèt nan vil pa yo pa pou vann, paske sa se posesyon pa yo pou tout tan.
LEV 25:35 “Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou.
LEV 25:36 Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou.
LEV 25:37 Ou pa pou bay li lajan ou avèk enterè, ni manje ou pou fè pwofi.
LEV 25:38 Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la pou bannou peyi Canaan an pou M kapab Bondye nou.
LEV 25:39 “Si yon moun peyi parèy nou vin tèlman pòv pami nou menm, e li vin vann tèt li bannou, nou pa pou desann li nan sèvis esklavaj.
LEV 25:40 Li va rete avèk nou kòm yon jounalye, menm kòm yon demere. Li va sèvi avèk nou jis rive nan ane jibile a.
LEV 25:41 Konsa li va sòti de nou menm, li menm avèk fis li yo avè l, e li va retounen vè fanmi li, pou li kapab retounen nan tèren zansèt li yo.
LEV 25:42 Paske yo se sèvitè Mwen ke Mwen te mennen sòti nan peyi Égypte la. Yo pa pou vann kon vant esklav la.
LEV 25:43 Nou pa pou domine li avèk severite, men onore Bondye nou an.
LEV 25:44 “Selon esklav, mal ak femèl ke petèt nou kapab gen,—-nou kapab jwenn esklav mal ak femèl nan nasyon payen ki antoure nou yo.
LEV 25:45 Alò, osi, se soti nan fis a demere k ap viv pami nou yo, ke nou kapab vin genyen yo, e ladann nan fanmi pa yo ki avèk nou, ke yo va gen tan pwodwi nan peyi nou; yo menm osi kapab devni posesyon pa nou.
LEV 25:46 Nou kapab menm sede a fis apre nou yo, pou resevwa yo kòm yon posesyon. Nou kapab sèvi yo kòm esklav pou tout tan. Men pou moun peyi nou an, nou pa pou domine avèk severite youn sou lòt.
LEV 25:47 “Alò, si mwayen a yon etranje, oswa yon demere avèk nou vin rich, e yon moun peyi parèy a nou an vin tèlman pòv ke li vin vann tèt li bay yon etranje ki demere pami nou, oswa desandan a yon fanmi etranje,
LEV 25:48 alò, li va gen dwa peye ranson nan moman li fenk vann nan. Youn nan frè li yo kapab peye ranson li an,
LEV 25:49 oswa tonton li, oswa fis tonton li, kapab peye ranson li an, oswa si li vin pwospere, li kapab peye ranson an pou pwòp tèt li.
LEV 25:50 Konsa, li menm avèk sila ki te achte li a, va kalkile ansanm soti nan ane ke li te vann tèt li bay li menm nan jis pou rive nan jibile a. Pri lavant li an va koresponn a nonb ane ke li te avèk li yo. Se tankou jou a yon jounalye ke li va avèk li.
LEV 25:51 Si gen toujou anpil ane, li va remèt yon pati nan pri lavant lan pou kouvri yo pou peye pwòp ranson pa li.
LEV 25:52 Si se pa anpil ane ki rete pou rive nan ane jibile a, li va kalkile sa avèk li. Selon ane ki rete yo li va remèt menm fòs la pou pri ranson an.
LEV 25:53 Menm tankou yon ouvriye ki anplwaye ane pa ane li va konsa avèk li. Li p ap domine sou li avèk severite devan zye nou.
LEV 25:54 “Menm si li pa peye ranson an pa mwayen sila yo, li va toujou sòti nan ane jibile a, li menm avèk fis li yo avè l.
LEV 25:55 Paske fis Israël yo se sèvitè Mwen; yo se sèvitè Mwen ke M te mennen fè sòti nan peyi Égypte yo. Mwen se Senyè a, Bondye nou an.
LEV 26:1 “Nou pa pou fè pou nou menm zidòl, ni nou pa pou mete an plas pou nou menm yon imaj, oswa yon pilye sakre. Ni nou pa pou plase yon wòch taye nan okenn fòm pou bese devan li; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
LEV 26:2 “Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.
LEV 26:3 “Si nou mache nan règleman Mwen yo, e kenbe kòmandman Mwen yo pou fè yo,
LEV 26:4 konsa Mwen va bannou lapli yo nan sezon pa yo, pou peyi a donnen pwodwi li yo, e bwa nan chan yo va bay fwi yo.
LEV 26:5 Anverite, bat grenn chan nou va dire jis tan pou ranmase rezen yo, e ranmase rezen yo va dire jis rive nan tan semans lan. Nou va konsa manje manje nou vant plen nèt, e viv ansekirite nan peyi nou.
LEV 26:6 “Mwen va osi bay lapè nan peyi a, pou nou kapab kouche san okenn moun pa fè nou tranble. Osi mwen va retire bèt sovaj nan peyi a, e okenn nepe p ap pase nan peyi nou.
LEV 26:7 Men nou va kouri dèyè lènmi nou yo, e yo va tonbe devan nou pa nepe.
LEV 26:8 Senk nan nou va chase yon santèn, san nan nou va chase di-mil, e lènmi nou yo va tonbe devan nou pa nepe.
LEV 26:9 “Konsa, Mwen va vire vè nou pou fè nou donnen anpil fwi. Mwen va miltipliye nou, e Mwen va asire akò Mwen avèk nou.
LEV 26:10 Nou va manje nan ansyen depo a, e nou va netwaye ansyen an akoz nèf la.
LEV 26:11 Anplis, Mwen va fè domisil Mwen pami nou, e nanm Mwen p ap rejte nou.
LEV 26:12 Mwen va osi mache pami nou, Mwen va Bondye nou, e nou va pèp Mwen.
LEV 26:13 Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou nou pa t esklav pa yo. Mwen te kase fè esklavaj nou an, e Mwen te fè nou mache kanpe dwat.
LEV 26:14 “Men si nou pa obeyi Mwen e pa akonpli tout kòmandman sa yo,
LEV 26:15 si, okontrè, nou rejte règleman Mwen yo, si nanm nou rayi òdonans sa yo pou li pa vin akonpli tout kòmandman Mwen yo, e kraze akò Mwen yo,
LEV 26:16 anretou, men kisa Mwen va fè nou: Mwen va apwente sou nou sibitman yon gwo twoub, yon maladi epwizan avèk lafyèv ki va gate zye nou, e fè nanm nan chagren. Konsa, nou va simen grenn nou yo san reyisi, paske se lènmi nou yo ki va manje li.
LEV 26:17 Mwen va mete figi Mwen kont nou jiskaske nou vin frape devan lènmi nou yo. Sila ki rayi nou yo va domine sou nou, e nou va kouri sove ale menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou.
LEV 26:18 “Si menm apre bagay sa yo, nou pa vin obeyi Mwen, alò Mwen va pini nou sèt fwa anplis pou peche nou yo.
LEV 26:19 Mwen va anplis, kase awogans pouvwa nou. Mwen va fè syèl la tankou fè, e tè a tankou bwonz.
LEV 26:20 Fòs ou va depanse san valè; latè ou p ap pwodwi, ni pyebwa yo p ap donnen fwi.
LEV 26:21 ‘Si konsa, ou aji ak ostilite kont Mwen, e refize obeyi M, Mwen va ogmante gwo maladi ak dezas yo sèt fwa, selon peche nou yo.
LEV 26:22 “Mwen va lage pami nou bèt sovaj chan yo ki va rache pitit nou yo nan men nou, detwi bèt nou yo e redwi fòs kantite moun nou jis pou wout nou yo rete abandone.
LEV 26:23 “Epi si, nan tout bagay sa yo nou pa vire bò kote M, men aji avèk ostilite kont Mwen,
LEV 26:24 alò, Mwen va aji avèk ostilite kont nou. Mwen, Mwen menm, Mwen va frape nou sèt fwa pou peche nou yo.
LEV 26:25 Osi, Mwen va mennen sou nou yon nepe ki va egzekite vanjans pou akò a. Lè nou reyini ansanm nan vil nou yo, Mwen va voye epidemi sou nou, pou nou vin livre nan men lènmi nou yo.
LEV 26:26 Lè Mwen kase pen pami nou, dis fanm va kwit pen nou nan yon sèl fou, e yo va mennen retounen pen nou nan pati ki mezire nan balans lan, pou nou manje, men pa pou nou satisfè.
LEV 26:27 “Men si, malgre tout sa, nou pa obeyi Mwen, men aji avèk ostilite kont Mwen,
LEV 26:28 alò, Mwen va aji avèk ostilite ak vanjans kont nou. Mwen va pini nou sèt fwa pou peche nou yo.
LEV 26:29 Anplis nou va manje chè a fis nou yo e chè a fi nou yo, n ap manje.
LEV 26:30 Mwen va detwi wo plas yo, koupe lotèl lansan yo, e fè gwo pil ak retay kò nou sou retay zidòl nou, paske nanm Mwen va rayi nou.
LEV 26:31 Anplis, Mwen va kraze vil nou yo; Mwen va fè sanktyè nou yo vin dezè, e Mwen p ap dakò santi sant dous nou yo.
LEV 26:32 Mwen va fè peyi a dezole jiskaske lènmi nou ki vin viv ladan yo a va chagren sou sa.
LEV 26:33 Men nou, Mwen va gaye nou pami nasyon yo, e Mwen va rale yon nepe parèt dèyè nou, pandan peyi nou an vin dezè e vil nou yo vin kraze.
LEV 26:34 Epi tè a va rejwi nan Saba li yo pandan tout jou dezolasyon li yo, pandan nou nan peyi lènmi nou yo. Konsa, tè a va repoze e rejwi nan Saba li yo.
LEV 26:35 Tout jou a dezolasyon yo, li va obsève repo ke li pa t obsève nan Saba nou yo pandan nou t ap viv ladann nan.
LEV 26:36 “Pou sila nan nou ki kab toujou rete la yo, Mwen va osi pote feblès nan kè yo pandan yo nan peyi lènmi yo. Konsa, bwi a yon fèy k ap kouri nan van va fè kè yo sote, e menmlè pèsòn pa kouri dèyè yo, yo va sove ale tankou se devan nepe, e yo va tonbe.
LEV 26:37 Se konsa yo va manke tonbe youn sou lòt, kòmsi yo t ap kouri kite nepe, malgre pèsòn pa dèyè yo. Nou p ap gen fòs pou kanpe devan lènmi nou yo.
LEV 26:38 Men nou va peri pami nasyon yo, e peyi lènmi nou yo va manje nou.
LEV 26:39 Epi sila ki lese dèyè yo va pouri gate akoz inikite pa yo nan peyi a lènmi pa nou an; epi osi, akoz inikite zansèt pa yo, ak enfidelite ke yo te komèt nan peyi lènmi nou yo; anplis, akoz inikite a papa zansèt pa yo, yo va vin pouri ansanm avèk yo.
LEV 26:40 “Si yo konfese inikite pa yo, ak inikite zansèt yo, nan enfidelite ke yo te komèt kont Mwen yo, ak jan yo aji avèk ostilite kont Mwen an—
LEV 26:41 Mwen te aji osi avèk ostilite kont yo, pou mennen yo nan peyi lènmi yo—oubyen si kè ensikonsi yo a ta vin imilye pou yo kapab, answit, aksepte pinisyon pou inikite yo a.
LEV 26:42 Nan lè sa a, Mwen va sonje akò Mwen avèk Jacob, Mwen va sonje osi akò Mwen avèk Isaac, ni akò Mwen avèk Abraham, e Mwen va sonje peyi a.
LEV 26:43 Paske, peyi a va vin abandone pa yo. Konsa, li va rejwenn Saba li yo pandan li rete kon dezè san yo menm nan. Antretan, yo menm va vin aksepte pinisyon pa yo paske yo te rejte òdonans Mwen yo, e nanm yo te rayi règleman Mwen yo.
LEV 26:44 Men malgre tout sa, lè yo nan peyi lènmi yo, Mwen p ap rejte yo, ni Mwen p ap meprize yo tèlman pou detwi yo e kraze akò Mwen avèk yo; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a.
LEV 26:45 Men Mwen va sonje yo pou akò avèk zansèt yo a, ke M te mennen fè yo sòti nan peyi Égypte devan zye a tout nasyon yo, pou Mwen ta kapab vin Bondye pa yo. Mwen se SENYÈ a.”
LEV 26:46 Sa yo se règleman avèk òdonans avèk lwa ke SENYÈ a te etabli antre Li menm ak fis Israël yo pa Moïse nan Mòn Sinai a.
LEV 27:1 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
LEV 27:2 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Lè yon nonm fin fè yon ve ki difisil, li va valorize selon valè moun nou ki apatyen a SENYÈ a.
LEV 27:3 Si valè ou a se yon gason antre ventan ak swasantan daj, valè ke nou va bay li a se senkant sik an ajan, dapre sik ki nan sanktyè a.
LEV 27:4 Oubyen, si se yon fanm, alò valè nou va trant sik.
LEV 27:5 Si li antre senkan jiska ventan, alò valè nou pou gason an va ven sik, e pou fanm nan dis sik.
LEV 27:6 Men si yo antre laj yon mwa jis rive nan senkan, valè nou va senk sik an ajan pou gason an, e pou fanm nan, valè nou va twa sik an ajan.
LEV 27:7 Si yo gen swasantan oswa plis, si se yon gason, alò valè li va kenz sik, e pou fanm lan, dis sik.
LEV 27:8 Men si li manke rive nan valè ou, alò li va plase devan prèt ki va bay valè li a. Selon mwayen a sila ki te fè ve a, prèt la va ba li valè.
LEV 27:9 “‘Alò, si se yon kalite bèt ke yon mesye ta kapab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, nenpòt sa ki bay a SENYÈ a, va sen.
LEV 27:10 Li pa pou ranplase li ni chanje li, yon bon pou yon move, ni yon move pou yon bon. Oswa, si li ta chanje bèt pou bèt, se tou de ki vin sen.
LEV 27:11 Si li se yon bèt ki pa pwòp nan kalite ke moun pa kab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, alò, li va plase bèt la devan prèt la.
LEV 27:12 Prèt la va ba li valè kit li bon, kit li pa bon. Jan nou menm nan, prèt la ba li valè, se konsa li va ye.
LEV 27:13 Men si li ta janmen vle peye ranson li an, alò li va ogmante yon senkyèm nan valè li.
LEV 27:14 “‘Alò, si yon mesye konsakre kay li kòm sen pou SENYÈ a, alò prèt la va ba li valè kòm bon, oswa pa bon. Jan prèt la ba li valè, se konsa li va kanpe.
LEV 27:15 Men si sila ki konsakre li a ta vle vin peye ranson li an, alò, li va mete yon senkyèm sou valè pri a pou l kapab vin pou li.
LEV 27:16 “‘Ankò, si yon mesye konsakre bay SENYÈ a yon pati nan pwòp chan pa li yo, alò, valè ke nou ba li a va selon fòs kantite semans ki nesesè pou simen li an: yon barik semans lòj vo senkant sik ajan.
LEV 27:17 Si li konsakre chan li an nan menm ane jibile a, selon valè nou ba li, li va kanpe konsa.
LEV 27:18 Si li konsakre chan li an apre jibile a, alò, prèt la va kalkile pri a pou li selon ane ki rete yo jis rive nan ane jibile a; epi li va vin redwi nan valè ke nou bay la.
LEV 27:19 Si sila ki konsakre li a ta janmen vle peye ranson chan an, alò li va adisyone yon senkyèm nan valè ke nou bay sou li a, pou li kapab vin pou li.
LEV 27:20 Malgre sa, si li pa peye ranson chan an, men te vann chan an a yon lòt moun, li p ap kapab peye ranson an ankò;
LEV 27:21 men lè li vin retounen nan jibile a, chan an va vin sen pou SENYÈ a, kòm yon chan ki mete apa. Li va pou prèt la kòm tè pa li.
LEV 27:22 “‘Oswa, si li konsakre bay SENYÈ a, yon chan ke li te achte, ki se pa yon pati nan chan pwòp tè pa li a,
LEV 27:23 alò, prèt la va kalkile pou li sòm valè chan an jis rive nan ane jibile a; epi li va nan jou sa a bannou valè nou kòm sen pou SENYÈ a.
LEV 27:24 Nan ane jibile a, chan an va retounen a sila sou li menm li te achte li a, e ki se pwòp mèt tèren an.
LEV 27:25 Anplis, chak valè ke nou bay va baze sou sik sanktyè a. Sik la va ven gera (yon ventyèm sik la).
LEV 27:26 “‘Malgre sa, yon premye pòtre pami bèt yo, ki se kòm premye ne, se pou SENYÈ a, pèsòn pa pou konsakre li; kit se yon bèf, kit se yon mouton, se pou SENYÈ a.
LEV 27:27 Men si li pami bèt ki pa pwòp yo, alò li va rachte li selon valè ke nou ba li e mete yon senkyèm anplis; epi si li pa rachte li, alò li va vann li selon valè ke nou ba li a.
LEV 27:28 “‘Sepandan, nenpòt bagay ke yon nonm mete apa pou SENYÈ a nan tout sa ke li genyen, kit se moun, bèt, oswa chan nan pwòp tè li, li p ap janm vann ni peye ranson. Nenpòt bagay ki dedye pou destriksyon, pi sen pou SENYÈ a.
LEV 27:29 Okenn moun ki vin mete apa pami lèzòm p ap janm peye ranson. Li va asireman vin mete a lanmò.
LEV 27:30 “‘Konsa tout dim tè, semans tè, ni fwi nan bwa, se pou SENYÈ a. Li sen pou SENYÈ a.
LEV 27:31 Alò, konsa, si yon moun vle peye ranson yon pati nan dim li, li va mete yon senkyèm sou li.
LEV 27:32 Paske chak dizyèm pati nan twoupo, oswa nan bann mouton, nenpòt sa ki pase anba baton, dizyèm pati a va sen pou SENYÈ a.
LEV 27:33 Li pa konsènan si li bon oswa pa bon, ni li pa pou chanje li. Alò, li menm, ni sa ki ranplase li a, va vin sen. Li pa pou peye ranson.’”
LEV 27:34 Sa yo se kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fis Israël yo nan mòn Sinai a.
NUM 1:1 SENYÈ a te pale a Moïse nan dezè Sinaï a, nan tant asanble a, nan premye jou a dezyèm mwa a, nan dezyèm ane lè yo te fin sòti nan peyi Égypte la. Li te di:
NUM 1:2 “Fè yon chif kontwòl tout asanble fis Israël yo selon fanmi zansèt pa yo, selon papa lakay yo, selon kantite, non a chak gason, tèt pa tèt,
NUM 1:3 soti nan ventan oplis, nenpòt moun ki kapab fè lagè an Israël. Ou menm avèk Aaron va konte yo pa lame yo.
NUM 1:4 Anplis de nou menm, va genyen yon moun ki sòti nan chak tribi, yo chak ki se tèt a fanmi zansèt pa li.
NUM 1:5 “Alò, sa yo se non mesye ki va kanpe avèk ou yo: pou Ruben: Élitsur, fis a Schedéur;
NUM 1:6 pou Siméon: Schelumiel, fis a Tsurischaddaï;
NUM 1:7 pou Juda: Nachschon, fis a Amminadab;
NUM 1:8 pou Issacar: Nethaneel, fis a Tsuar;
NUM 1:9 pou Zabulon: Éliab, fis a Hélon;
NUM 1:10 pou fis a Joseph yo, pou Éphraïm: Élischama, fis a Ammihud; pou Manassé: Gamaliel, fis a Pedahtsur;
NUM 1:11 pou Benjamin: Abidan, fis a Guideoni;
NUM 1:12 pou Dan: Ahiézer, fis a Mamischaddaï;
NUM 1:13 pou Aser: Paguiel, fis a Ocran;
NUM 1:14 pou Gad: Éliasapah, fis a Déuel;
NUM 1:15 pou Nephthali: Ahira, fis a Énan.”
NUM 1:16 Se sila yo ki te rele pa asanble a, dirijan a tribi fanmi zansèt pa yo; yo te chèf a dè milye an Israël.
NUM 1:17 Konsa, Moïse avèk Aaron te pran mesye sa yo ki te chwazi pa non yo.
NUM 1:18 Yo te reyini tout kongregasyon an ansanm nan premye jou nan dezyèm mwa a. Konsa, yo te fè anrejistreman selon fanmi zansèt pa yo, selon kay papa yo, selon kantite ki te nome yo, soti nan ventan oswa plis, tèt pa tèt.
NUM 1:19 Jan SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa li te konte yo nan dezè ki rele Sinaï a.
NUM 1:20 Alò fis a Ruben yo, premye ne pou Israël, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
NUM 1:21 Kantite mesye ki te konte nan tribi Ruben an te karann-si-mil-senk san (46,500).
NUM 1:22 Pou fis Siméon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
NUM 1:23 Kantite mesye ki te konte nan tribi Siméon an te senkant-nèf-mil, twa-san (59,300).
NUM 1:24 Pou fis Gad yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
NUM 1:25 Kantite mesye ki te konte nan tribi Gad la te karann-senk-mil-sis-san-senkant (45,650).
NUM 1:26 Pou fis Juda yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
NUM 1:27 Kantite mesye ki te konte nan tribi Juda a te swasann-katòz-mil-sis-san (74,600).
NUM 1:28 Pou fis Issacar yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
NUM 1:29 Kantite mesye ki te konte nan tribi Issacar a te senkant-kat-mil-kat-san (54,400).
NUM 1:30 Pou fis Zabulon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
NUM 1:31 Kantite mesye ki te konte nan tribi Zabulon an te senkant-sèt-mil-kat-san (57,400).
NUM 1:32 Pou fis Joseph sa vle di Éphraïm, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
NUM 1:33 Kantite mesye ki te konte nan tribi Éphraïm nan te karann-sèt-mil-senk-san (47,500).
NUM 1:34 Pou fis Manassé yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
NUM 1:35 Fòs kantite mesye ki te konte nan tribi Manassé a te trann-de-mil-de-san (32,200).
NUM 1:36 Pou fis Benjamin yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
NUM 1:37 Kantite mesye ki te konte nan tribi Benjamin an te trann-senk-mil-kat-san (35,400).
NUM 1:38 Pou fis Dan yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
NUM 1:39 Kantite mesye ki te konte nan tribi Dan nan te swasann-de-mil-sèt-san (62,700).
NUM 1:40 Pou fis Aser yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
NUM 1:41 Kantite mesye ki te konte nan tribi Aser a te karanteyen-mil-senk-san (41,500).
NUM 1:42 Pou fis Nephthali yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
NUM 1:43 Kantite mesye ki te konte nan tribi Nephtali a te senkant-twa-mil-kat-san (53,400).
NUM 1:44 Sa yo se sila ki te konte yo, ke Moïse avèk Aaron te konte yo, selon chèf Israël yo, douz gason, chak ki te sòti lakay zansèt papa pa yo.
NUM 1:45 Konsa se tout gason nan fis Israël yo ki te konte selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè an Israël.
NUM 1:46 Jiskaske tout mesye ki te konte yo te sis-san-twa-mil-senk-san-senkant. (603,550).
NUM 1:47 Men Levit yo pa t konte pami yo selon tribi zansèt papa pa yo.
NUM 1:48 Paske SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 1:49 “Sèlman tribi Levi a, nou p ap konte, ni nou p ap fè kontwòl anrejistreman pa yo pami fis Israël yo.
NUM 1:50 Men nou va chwazi Levit yo sou tabènak temwayaj la, sou tout zafè li yo ak tout sa ki apatyen a li menm. Yo va pote tabènak la avèk tout zafè li, e yo va okipe li; yo va osi fè kan antoure tabènak la.
NUM 1:51 Konsa lè tabènak la ap pati, Levit yo va desann li; epi lè tabènak la vin kanpe, Levit yo va monte li. Men sila ki pa Levit ki vin toupre va vin mete a lanmò.
NUM 1:52 “Fis Israël yo va fè kan, chak mesye bò kote kan pa li, e chak mesye bò drapo pa li, selon lame yo.
NUM 1:53 Men Levit yo va fè kan antoure tabènak temwayaj la, pou kòlè pa vin sou asanble fis Israël yo. Konsa Levit yo va kenbe chaj sou Tabènak Temwayaj la.”
NUM 1:54 Se konsa ke fis Israël yo te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, konsa yo te fè.
NUM 2:1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 2:2 Fis Israël yo va fè kan, chak bò kote pwòp drapo pa yo, avèk drapo lakay papa zansèt pa yo. Yo va fè kan antoure tant asanble a, a yon distans.
NUM 2:3 Alò, sila ki fè kan nan kote lès la vè solèy leve yo va sila nan drapo kan an Juda yo, selon lame pa yo. Chèf dirijan a fis Juda yo vaNachschon, fis a Amminadab la,
NUM 2:4 avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo, swasann-katòz-mil-sis-san (74,600).
NUM 2:5 Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Issacar. Chèf dirijan an va Nethaneel, fis a Tsuar a,
NUM 2:6 avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-kat-mil-kat-san (54,400).
NUM 2:7 Sila a va swiv pa Zabulon, avèk chèf dirijan fis Zabulon yo: Eliab, fis a Hélon an,
NUM 2:8 avèk lame pa li, men mesye ki te konte yo, senkant-sèt-mil-kat-san (57,400).
NUM 2:9 Total a mesye ki te konte nan kan Juda a te: san-katreven-si-mil-kat-san (186,400) selon lame pa yo. Yo va sòti avan.
NUM 2:10 Nan kote sid la va gen drapo a kan Ruben an selon lame pa yo. Chèf a fis Ruben yo te: Élitsur fis a Schedéur a,
NUM 2:11 avèk lame pa li. Men mesye ki konte yo, karant-si-mil-senk-san (46,500).
NUM 2:12 Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Siméon. Chèf a fis Siméon yo te: Schelumiel, fis a Tsurischaddaï la,
NUM 2:13 avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-nèf-mil-twa-san (59,300).
NUM 2:14 Swiv pa tribi Gad la, avèk chèf a fis Gad yo: Éliasapah, fis a Déuel la,
NUM 2:15 avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; karann-senk-mil-sis-san-senkant (45,650).
NUM 2:16 Total a mesye konte nan kan Ruben an te: san-senkanteyen-mil-kat-san-senkant (151,450). Se yo k ap sòti nan dezyèm nan.
NUM 2:17 Konsa, tant asanble a va sòti avèk kan levit yo nan mitan kan yo. Menm jan ke yo fè kan an, konsa yo va sòti, chak moun nan plas li bò kote drapo pa li.
NUM 2:18 Nan kote lwès la, va gen drapo kan Ephraïm lan selon lame pa yo e chèf a fis Ephraïm yo va Élischama fis a Ammihud la.
NUM 2:19 Nan lame pa li, men sa ki konte yo; karann-mil-senk-san (40,500).
NUM 2:20 Akote li va gen tribi Manassé a, e chèf a fis Manassé yo te: Gamaliel, fis a Pedahstsur a,
NUM 2:21 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo, trann-de-mil-de-san (32,200).
NUM 2:22 Apre se tribi a Benjamin an, e chèf a tribi Benjamin an te: Abidan, fis a Gideoni a,
NUM 2:23 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; trann-senk-mil-kat-san (35,400).
NUM 2:24 Total a mesye konte nan kan Ephraïm yo te: san-ui-mil-san (108,100) pa lame pa yo. Yo va sòti nan twazyèm nan.
NUM 2:25 Nan kote nò va gen drapo pou kan Dan an, selon lame pa yo, e chèf a fis Dan yo te: Ahiézer, fis a Ammischaddaï a,
NUM 2:26 avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; swasann-de-mil-sèt-san (62,700).
NUM 2:27 Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Aser, e chèf a fis a Aser yo te: Paguiel, fis a Ocran an,
NUM 2:28 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; karanteyen-mil-senk-san (41,500).
NUM 2:29 Apre se te tribi a Nephtali a, e chèf a fis a Nephtali yo te: Ahira, fis a Énan an,
NUM 2:30 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; senkant-twa-mil-kat-san (53,400).
NUM 2:31 Total a mesye nan kan Dan yo te san-senkant-sèt-mil-sis-san. (157,600) Yo va sòti dènye avèk drapo pa yo.
NUM 2:32 Sa yo se mesye ki te konte a fis Israël yo selon lakay papa zansèt pa yo; total a mesye a tout kan yo ki te konte pa lame yo te sis-san-twa-mil-senk-san-senkant (603,550)
NUM 2:33 Malgre sa, Levit yo pa t konte pami fis Israël yo, jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
NUM 2:34 Konsa fis a Israël te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, yo te fè kan bò kote drapo pa yo, e konsa yo te sòti, yo chak avèk pwòp fanmi pa yo selon lakay zansèt papa yo.
NUM 3:1 Alò sa yo se chif desandan a Aaron avèk Moïse nan tan lè SENYÈ a te pale avèk Moïse sou Mòn Sinaï a.
NUM 3:2 Sa yo se non a fis Aaron yo: Nadab, premye ne a, Abith, Éléazar ak Ithamar.
NUM 3:3 Sa yo se non a fis Aaron yo, prèt onksyone ke li te konsakre pou sèvi kòm prèt yo.
NUM 3:4 Men Nadab avèk Abihu te mouri devan SENYÈ a lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a nan dezè Sinaï a. Yo pa t gen pitit. Konsa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kòm prèt pandan papa yo, Aaron, t ap viv.
NUM 3:5 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 3:6 “Mennen tribi Levi a vin pre ou, e fè yo chita devan Aaron, prèt la, pou yo kapab sèvi li.
NUM 3:7 Yo va ranpli devwa pou li ak pou tout kongregasyon an devan tant asanble a, pou fè sèvis tabènak la.
NUM 3:8 Yo va osi kenbe tout zafè ki founi tant asanble a, ansanm avèk devwa a fis Israël yo, pou fè sèvis tabènak la.
NUM 3:9 Konsa ou va bay Levit yo a Aaron avèk fis li yo; yo va bay nèt a li pami fis Israël yo.
NUM 3:10 Konsa, ou va chwazi Aaron avèk fis li yo pou yo kapab ranpli fonksyon prèt yo, men nenpòt lòt moun ki pwoche va vin mete a lanmò.”
NUM 3:11 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 3:12 “Alò, veye byen, Mwen te pran Levit yo pami fis Israël yo olye de chak premye ne, premye bebe a chak vant pami fis Israël yo. Konsa, Levit yo se pa M.
NUM 3:13 Paske, tout premye ne se pa M yo ye. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye pou Mwen menm tout premye ne an Israël yo soti nan lòm pou rive nan bèt yo. Yo va pou Mwen; Mwen se SENYÈ a.”
NUM 3:14 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan dezè Sinaï a. Li te di:
NUM 3:15 “Konte fis a Levi yo selon lakay papa pa yo, pa fanmi yo; tout gason soti nan laj a yon mwa oswa plis, ou va konte yo.”
NUM 3:16 Alò, Moïse te konte yo selon pawòl a SENYÈ a, jis jan ke li te kòmande a.
NUM 3:17 Konsa, se sa yo ki te fis a Levi yo pa non yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.
NUM 3:18 Sa se non a fis a Guerschon yo selon fanmi pa yo: Libni ak Schimeï;
NUM 3:19 Fis a Kehath yo selon fanmi pa yo: Amram, Jitsehar, Hébron ak Uziel;
NUM 3:20 Fis a Merari yo selon fanmi pa yo: Machli ak Muschi. Sa yo se fanmi Levit yo selon lakay papa pa yo.
NUM 3:21 Nan Guerschon te sòti fanmi a Libni yo ak fanmi a Schimeï yo. Sa yo se te fanmi a Gèchonit yo.
NUM 3:22 Nan mesye konte yo tout gason soti nan yon mwa oswa plis te vin konte nan sèt-mil-senk-san (7,500).
NUM 3:23 Fanmi a Gèchonit yo te toujou gen pou fè kan dèyè tabènak la nan kote lwès la.
NUM 3:24 Chèf a lakay papa yo pami Gèchonit yo te Élaisaph, fis a Laël la.
NUM 3:25 Alò, devwa a fis Guerschon yo nan tant asanble a se te tabènak la avèk tant lan, kouvèti li, rido pòtay tant asanble a,
NUM 3:26 bagay pandye sou galeri a, ki antoure tabènak la ak lotèl la, e kòd li yo avèk tout sèvis konsènan li yo.
NUM 3:27 Nan Kehath, te sòti fanmi a Amramit yo, fanmi Jitseharit yo, fanmi Ebwonit yo avèk fanmi Izyelit yo. Sila yo se te fanmi a Kehath yo.
NUM 3:28 Nan konte tout gason nan laj yon mwa oswa plis, te gen ui-mil-sis-san (8,600) ki t ap fè devwa sanktyè a.
NUM 3:29 Fanmi a Kehath yo te gen pou fè kan nan kote sid a tabènak la,
NUM 3:30 epi chèf a tout kay papa yo pou Kehath yo se te Élitsaphan, fis a Uziel la.
NUM 3:31 Alò, devwa pa yo se te lach la, tab la, chandelye a, lotèl yo, tout zouti pou sèvis sanktyè a, rido a, ak tout sèvis ki fèt avèk yo.
NUM 3:32 Éléazar, fis a Aaron an se te chèf an tèt a chèf Levit yo, e li te responsab pou tout sila ki te fè devwa sanktyè a.
NUM 3:33 Nan Merari, te sòti fanmi a Machli yo ak fanmi Muschi yo. Se sa yo ki te fanmi a Merari yo.
NUM 3:34 Mesye pa yo ki te konte pa tout gason ak laj yon mwa oswa plis yo, te si-mil-de-san (6,200).
NUM 3:35 Chèf a lakay papa Merari yo se te Tsuriel, fis a Abihaïl la. Yo te gen pou fè kan sou kote nò a tabènak la.
NUM 3:36 Alò, devwa a fis Merari yo se te pou okipe ankadreman tabènak la, poto li yo, baz reseptikal li yo, tout bagay sa yo avèk sèvis ki konsène yo,
NUM 3:37 ak pilye ki antoure galeri a, avèk baz reseptikal pa yo avèk pikèt ak kòd yo.
NUM 3:38 Alò, sila ki te gen pou fè kan devan tabènak la vè lès la devan tant asanble a, vè solèy leve a, se te Moïse avèk Aaron avèk fis li yo, ki pou fè devwa sanktyè yo, pou ranpli obligasyon a fis Israël yo. Men nenpòt moun ki pa prèt va vin mete a lanmò si li vin toupre.
NUM 3:39 Tout mesye ki te konte pami Levit yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmand a SENYÈ a, pa fanmi pa yo, tout gason ki te gen yon mwa oswa plis, te venn-de-mil (22,000).
NUM 3:40 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Konte tout gason, premye ne pami fis Israël yo soti nan laj yon mwa oswa plis, e fè yon chif ak non yo.
NUM 3:41 Ou va pran Levit yo pou Mwen—Mwen se SENYÈ a—olye de premye ne pami fis Israël yo; ak bèt a Levit yo olye de tout premye ne nan bèt a fis Israël yo.”
NUM 3:42 Konsa, Moïse te konte tout premye ne pami fis Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande li a.
NUM 3:43 Tout premye ne nan gason yo soti nan laj a yon mwa oswa plis, mesye ki te konte pou yo te venn-de-mil-de-san-swasann-trèz22,273
NUM 3:44 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 3:45 “Pran Levit yo olye de tout premye ne pami fis Israël yo ak bèt a Levit yo olye bèt pa yo. Konsa, Levit yo va pou Mwen: Mwen se SENYÈ a.
NUM 3:46 Pou ranson a de-san-swasann-trèz (273) nan premye ne an Israël ki plis ke Levit yo,
NUM 3:47 ou va pran senk sik pou chak, pa tèt. Ou va pran yo an valè sik sanktyè a (sik la se ven gera),
NUM 3:48 epi bay Aaron avèk fis li lajan an ki te peye pou ranson pa Levit yo.”
NUM 3:49 Moïse te pran lajan ranson an ki sòti nan sila ki te anplis sila ki te ransonen pa Levit yo;
NUM 3:50 nan men a premye ne a fis Israël yo, li te pran lajan an an valè sik sanktyè a, mil-twa-san-swasann-senk (1,365) sik.
NUM 3:51 Epi Moïse te bay lajan ranson an bay Aaron avèk fis li yo, selon kòmand a SENYÈ a, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
NUM 4:1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron. Li te di:
NUM 4:2 Fè yon chif kontwòl a desandan Kehath yo pami fis Levit yo, selon fanmi pa yo, e selon lakay papa pa yo,
NUM 4:3 soti nan trantan oswa plis, menm jiska senkantan; tout moun ki antre nan sèvis pou fè travay a Tant Asanble a.
NUM 4:4 Sa se travay a desandan a Kehath yo nan Tant Asanble a, selon bagay ki sen pase tout bagay yo.
NUM 4:5 Lè kan an pati, Aaron avèk fis li yo va antre ladann. Yo va fè desann vwal rido a, e yo va kouvri lach temwayaj la avèk li.
NUM 4:6 Yo va kouvri li avèk po dofen, ouvri sou li yon twal, koulè ble pi, e pase fè poto antre nan wondèl yo.
NUM 4:7 Sou tab a pen Prezans lan, yo va osi ouvri yon twal ble. Yo va mete sou li asyèt avèk bonm yo ak veso pou fè sakrifis yo, bokal pou ofrann bwason an, ak pen k ap la tout tan an, va sou li.
NUM 4:8 Yo va kouvri yo avèk yon twal wouj, yo va kouvri li avèk yon po dofen, e yo va fè poto yo antre pase nan wondèl yo.
NUM 4:9 Yo va pran yon twal ble, e yo va kouvri chandelye a pou limyè a, ansanm avèk lanp pa li yo, touf yo, asyèt li yo, ak veso lwil li yo, avèk sa yo konn okipe li yo.
NUM 4:10 Yo va mete tout zouti li yo nan yon kouvèti po dofen, e yo va mete li nan poto ki fèt pou pote a.
NUM 4:11 Sou lotèl an lò a, yo va mete yon twal ble. Yo va kouvri li avèk yon kouvèti po dofen, e yo va fè pase antre poto li yo nan wondèl yo.
NUM 4:12 Yo va pran tout zouti a sèvis yo avèk sila yo fè sèvis nan sanktyè a. Yo va mete yo nan yon twal ble, kouvri yo avèk yon kouvèti po dofen, e mete yo sou ankadreman an.
NUM 4:13 Yo va retire sann dife ki sou lotèl la, e yo va kouvri lotèl la avèk yon twal mov.
NUM 4:14 Yo va anplis mete sou li tout zouti li yo avèk sila yo sèvi e ki gen korespondans avèk li; veso dife yo, fouch avèk pèl yo, ak basen yo, tout zouti lotèl la. Epi yo va fè l kouvri avèk yon po dofen, e fè poto li yo pase antre.
NUM 4:15 Lè Aaron avèk fis li yo fin kouvri bagay sen yo avèk tout sa ki founi sanktyè yo, lè kan an prèt pou sòti, apre sa, fis Kehath yo va vini pou pote yo; men fòk yo pa touche bagay sen yo pou yo pa mouri. Sa yo se bagay nan Tant Asanble a ke fis Kehath yo va pote.
NUM 4:16 Devwa a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, se lwil pou limyè a, lansan santi bon an, ofrann sereyal ki pa janm sispann nan ak lwil onksyon an—lesansyèl tabènak la avèk tout sa ki ladann yo, sanktyè a avèk sa ki founi li yo.
NUM 4:17 SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron. Li te di:
NUM 4:18 Pa kite tribi a Kehath yo vin koupe retire pami Levit yo.
NUM 4:19 Men fè sa ak yo pou yo kapab viv, e pou yo pa mouri lè yo vin pwoche bagay ki sen pase tout bagay yo: Aaron avèk fis li yo va antre bay yo chak travay pa yo, avèk chaj yo;
NUM 4:20 men yo pa pou antre pou wè sa ki sen an, menm pou yon moman, oswa yo va mouri.
NUM 4:21 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
NUM 4:22 “Pran yon chif kontwòl nan fis Guerschon yo selon lakay papa pa yo, ak papa fanmi pa yo;
NUM 4:23 soti nan trantan oswa plis jiska senkantan, ou va konte yo; tout moun ki antre pou fè sèvis, pou fè travay nan Tant Asanble a.
NUM 4:24 “Sa se sèvis a fanmi Gèchonit yo, pou sèvi e pou pote:
NUM 4:25 Yo va pote rido a tabènak la, Tant Asanble a avèk kouvèti li, kouvèti po dofen ki sou li a, ak rido pòtay a Tant Asanble a,
NUM 4:26 bagay pandye ki sou galeri a, rido a ki pou pòtay galeri a ki antoure tabènak la avèk lotèl la, kòd pa yo avèk tout bagay ki pou sèvis la; epi tout sa ki gen pou fèt, se yo ki pou fè l. Yo va sèvi andedan.
NUM 4:27 Tout sèvis a fis Gèchonit yo, nan tout chaj ak tout travay yo, yo va fèt selon kòmand Aaron avèk fis li yo. Ou va dirije yo selon devwa yo nan tout chaj yo.
NUM 4:28 Sa se sèvis a fanmi Gèchonit yo nan Tant Asanble a, e devwa yo va anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.
NUM 4:29 “Selon fis Merari yo, ou va konte yo pa fanmi yo, pa lakay papa pa yo;
NUM 4:30 soti nan trantan oswa plis jis rive nan laj senkantan, ou va konte yo, yo chak ki antre pou fè sèvis Tant Asanble a.
NUM 4:31 Alò, se sa ki devwa pou chaj pa yo, pou tout sèvis pa yo nan Tant Asanble a: planch a tabènak la avèk travès li yo, pilye li yo avèk baz reseptikal yo,
NUM 4:32 pilye ki antoure galeri a ak baz reseptikal pa yo, pikèt ak kòd yo, avèk tout bagay pou sèvi ladann yo. Ou va chwazi chak moun pa non li, pou bagay ke li gen pou pote yo.
NUM 4:33 Sa se sèvis fanmi a fis Merari yo selon tout sèvis pa yo nan Tant Asanble a, anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.”
NUM 4:34 Alò, Moïse ak Aaron avèk chèf asanble yo te konte fis Koatit yo selon fanmi yo e selon lakay a papa pa yo,
NUM 4:35 soti nan trantan anplis menm pou rive nan senkantan, tout sila ki te antre sèvis pou travay nan Tant Asanble a.
NUM 4:36 Mesye pa yo ki te konte pa fanmi pa yo se te de-mil-sèt-san-senkant (2,750).
NUM 4:37 Sila yo se mesye yo ki te konte pami fis Koatit yo, tout sila ki t ap sèvi nan Tant Asanble a, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
NUM 4:38 Mesye konte pa fis Gèchonit yo pa fanmi pa yo e pa lakay fanmi pa yo,
NUM 4:39 soti nan trantan oswa plis menm jiska laj senkantan, tout sila ki te antre nan travay nan Tant Asanble a.
NUM 4:40 Mesye ki te konte pa fanmi pa yo, pa lakay papa pa yo se te de-mil-sis-san-trant (2,630).
NUM 4:41 Sila yo se mesye ki te konte nan fanmi a fis Guerschon yo, tout sila ki te sèvi nan Tant Asanble a, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman a SENYÈ a.
NUM 4:42 Mesye konte nan fanmi a fis Merari yo pa fanmi pa yo, pa lakay papa pa yo,
NUM 4:43 soti nan trantan oswa plis, jis rive nan laj senkantan, tout moun ki te antre nan sèvis pou fè travay nan Tant Asanble a.
NUM 4:44 Mesye ki te konte pa fanmi pa yo se te twa-mil-de-san (3,200).
NUM 4:45 Sila yo se mesye ki te konte nan fanmi a fis Merari yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
NUM 4:46 Tout mesye konte a Levit yo, ke Moïse avèk Aaron ak chèf Israël yo te konte selon fanmi yo e selon lakay a papa pa yo,
NUM 4:47 soti nan trantan oswa plis jiska senkantan, tout moun ki te konn antre pou fè travay sèvis ak travay pote nan Tant Asanble a.
NUM 4:48 Mesye konte yo te ui-mil-senk-san-katreven (8,580).
NUM 4:49 Selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse, yo te konte, yo chak selon sèvis oswa pote yo te fè. Konsa sila yo se te mesye ki te konte yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
NUM 5:1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
NUM 5:2 Kòmande fis Israël yo pou yo voye fè kite kan an chak moun lalèp ak tout sila ki gen ekoulman yo, oswa chak moun ki pa pwòp akoz a yon moun mouri.
NUM 5:3 “Nou va voye ale ni gason, ni fanm. Nou va voye yo deyò kan an pou yo pa konwonpi kan pa yo a, kote Mwen rete nan mitan yo a.”
NUM 5:4 Fis Israël yo te fè sa, e yo te voye yo deyò kan an; jis jan ke SENYÈ a te pale avèk Moïse la, se konsa ke fis Israël yo te fè.
NUM 5:5 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 5:6 “Pale avèk fis Israël yo: ‘Lè yon nonm, oswa yon fanm fè yon lòt mal, aji avèk mank lafwa kont SENYÈ a, e moun sa a koupab,
NUM 5:7 alò, li va konfese peche ke li te fè yo; li va peye pou tò ke li te fè a, li va peye yon senkyèm nan valè donmaj la anplis, e li va bay sa a sila ke li te fè tò a.
NUM 5:8 Men si nonm nan pa gen relasyon pou resevwa pèyman, pèyman ki fèt pou tò a, li va oblije ale bay SENYÈ a pou prèt la, ansanm avèk belye ekspiyatwa ki pou fè ekspiyasyon pou li a.
NUM 5:9 Tout don ki apatyen a kado sen a fis Israël yo, ke yo ofri a prèt la, va pou li.
NUM 5:10 Konsa kado a chak moun va pou li; nenpòt bagay ke nenpòt moun bay a prèt la, li va vin pou li.’”
NUM 5:11 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 5:12 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Si madanm a yon nonm vin vire, e li vin enfidèl anvè li,
NUM 5:13 epi yon lòt gason vin antre nan li, epi si sa kache a zye mari li, sa rete an kachèt, malgre ke li te konwonpi tèt li, men pa gen temwayaj kont li ni li pa t kenbe nan zak la,
NUM 5:14 si yon espri jalouzi vin antre sou nonm nan, e si li jalou pou madanm li, e li te konwonpi tèt li a, oswa si yon espri jalouzi vin sou li e li jalou lè li pa t vrèman konwonpi tèt li,
NUM 5:15 mesye a, alò, va mennen madanm li devan prèt la. Konsa, li va mennen kòm ofrann pou li yon dizyèm efa nan lòj moulen an. Li pa pou vide lwil sou li, ni mete lansan sou li, paske li se yon ofrann sereyal de jalouzi, yon ofrann sereyal pou sonje, pou pa bliye inikite.
NUM 5:16 “‘Alò, prèt la va mennen li vin toupre li, e fè l kanpe devan SENYÈ a.
NUM 5:17 Prèt la va pran dlo sen an nan yon veso fèt an ajil. Li va pran kèk nan poud ki atè nan tabènak la, e li va mete nan dlo a.
NUM 5:18 Konsa, prèt la va fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, kite très cheve tèt a fanm nan vin desann, mete ofrann sonje a nan men li, ki se ofrann sereyal jalouzi a, pandan prèt la kenbe dlo anmè ki pote madichon an.
NUM 5:19 Prèt la va fè fanm nan sèmante. Li va di li: “Si nanpwen gason ki te kouche avèk ou, si ou pa t vin vire pou antre nan sa ki pa pwòp, alò akoz ou anba otorite mari ou, rete san afekte pa dlo anmè sa a ki mennen yon madichon.
NUM 5:20 Sepandan, si ou te vin vire, akoz ou anba otorite mari ou, si ou te konwonpi tèt ou, e yon lòt gason ki pa mari ou te kouche avèk ou,”
NUM 5:21 (alò, prèt la va fè fanm nan fè sèman madichon an, e prèt la va di a fanm nan): “Ke SENYÈ a fè ou modi, yon madichon pami pèp ou a lè SENYÈ a fè kwis ou vin pouri pou disparèt, e vant ou vin anfle;
NUM 5:22 epi dlo sa a ki pote yon madichon va antre nan vant ou, fè vant ou anfle e fè kwis ou vin pouri e disparèt.” Konsa, fanm nan va di: “Amen, Amen.”
NUM 5:23 Epi prèt la va ekri madichon sa yo sou yon woulo papye, e li va lave fè yo sòti nan dlo anmè a.
NUM 5:24 Epi li va fè fanm nan bwè dlo anmè ki pote madichon an, pou dlo ki pote madichon an kab antre nan li e li va fè l vin anmè.
NUM 5:25 Prèt la va pran ofrann sereyal pou jalouzi a nan men fanm nan, e li va balanse li devan SENYÈ a pou mennen li vè lotèl la.
NUM 5:26 Konsa, prèt la va pran yon men plen nan ofrann sereyal la kòm ofrann tout moun sonje, li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, e apre, li va fè fanm nan bwè dlo a.
NUM 5:27 Lè li fin fè li bwè dlo a, alò li va vin rive, ke si li te konwonpi tèt li, li pa t kenbe bòn fwa avèk mari li, ke dlo ki mennen madichon an kab antre nan li pou fè l vin anmè a, vant li va vin anfle, kwis li va vin pouri, e fanm nan va devni yon madichon pami pèp li a.
NUM 5:28 Men si fanm nan pa t konwonpi tèt li e li te pwòp, li va, alò, lib e li va fè pitit.
NUM 5:29 “‘Sa se lalwa jalouzi a: lè yon fanm, anba otorite mari li, vin vire e konwonpi tèt li,
NUM 5:30 oswa lè yon espri jalouzi vin sou yon mesye, e li vin jalou pou madanm li. Li va, alò, fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, e prèt la va aplike tout lwa sa a anvè li.
NUM 5:31 Anplis, mesye a va lib, san koupabilite, men fanm nan va pote koupabilite pa li a.’”
NUM 6:1 Ankò, SENYÈ a te pale avè Moïse. Li te di:
NUM 6:2 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a,
NUM 6:3 li va refize diven avèk bwason fò. Li pa pou bwè vinèg, kit li fèt avèk diven kit bwason fò, ni li p ap bwè ji rezen, ni manje rezen, ni fre, ni sèch.
NUM 6:4 Tout jou apa sa yo, li pa pou manje anyen ki pwodwi pa pye rezen, soti nan grenn li yo, jis rive nan po li.
NUM 6:5 “‘Tout jou yo, pandan ve apa li a, okenn razwa p ap pase sou tèt li. Li va sen jiskaske jou li yo vin akonpli pou sa li te separe tèt li bay SENYÈ a. Li va kite cheve tèt li vin long.
NUM 6:6 “‘Tout jou a separasyon li yo, li pa pou pwoche yon mò.
NUM 6:7 Li pa pou fè tèt li pa pwòp ni pou papa li, ni manman li, pou frè li, oswa pou sè li, lè yo ta mouri, akoz separasyon li pou Bondye poze sou tèt li.
NUM 6:8 Tout jou a separasyon li yo, li va sen a SENYÈ a.
NUM 6:9 “‘Men si yon nonm mouri sibitman bò kote li, e li konwonpi tèt cheve ki se apa li a, alò, li va pase razwa sou tèt li nan jou ke li vin pwòp la.Li va pase razwa sou li nan setyèm jou a.
NUM 6:10 Konsa, nan dizyèm jou a, li va pote de toutrèl oswa de jenn pijon vè prèt la, nan pòtay tant asanble a.
NUM 6:11 Prèt la va ofri youn kòm yon ofrann peche a, e lòt la kòm yon ofrann brile, epi fè ekspiyasyon pou li konsènan peche li, akoz mò a. Epi nan menm jou sa a, li va konsakre tèt li,
NUM 6:12 epi li va dedye a SENYÈ a jou li yo kòm yon Nazareyen, e li va mennen yon mal mouton nan laj 1 nan oswa plis kòm yon ofrann koupab. Men jou tan pase yo va vin anile akoz tan separasyon li an te vin konwonpi.
NUM 6:13 “‘Alò, sa se lalwa a yon Nazareyen. Lè jou separasyon yo vin fini, li va mennen ofrann nan nan pòtay a tant asanble a.
NUM 6:14 Li va prezante ofrann li an bay SENYÈ a: yon mal mouton laj 1 nan san defo kòm yon ofrann brile, yon mouton femèl laj 1 nan san defo kòm yon ofrann peche, ak yon belye san defo kòm yon ofrann lapè,
NUM 6:15 epi yon panye gato san ledven fèt avèk farin fen, mele avèk lwil, ofrann sereyal, ak galèt san ledven kouvri avèk lwil, ansanm avèk ofrann pa yo, ak ofrann bwason pa yo.
NUM 6:16 “‘Alò, prèt la va prezante yo devan SENYÈ a. Li va ofri ofrann peche pa li a avèk ofrann brile pa li a.
NUM 6:17 Li va osi ofri belye a kòm yon ofrann sakrifis lapè bay SENYÈ a, ansanm avèk yon panye gato san ledven. Prèt la va osi ofri ofrann sereyal li avèk ofrann bwason li.
NUM 6:18 “‘Alò, apre sa, Nazareyen an va pase razwa sou tèt cheve dedye pa li nan pòtay a tant asanble a. Li va pran cheve dedye a tèt li a, e mete li sou dife ki anba ofrann sakrifis lapè yo.
NUM 6:19 “‘Prèt la va pran zepòl belye a lè li fin bouyi, ak yon gato san ledven sòti nan panye a, yon galèt san ledven, e li va mete yo sou men a Nazareyen an lè l fin pase razwa a sou cheve dedye li a.
NUM 6:20 Konsa, prèt la va balanse yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Li sen pou prèt la, ansanm avèk pwatrin ki ofri pa balanse a e kwis ki ofri pa leve anlè a. Apre Nazareyen an kapab bwè diven an.
NUM 6:21 “‘Sa se lalwa a Nazareyen ki fè ve ofrann li bay SENYÈ a, an akò avèk separasyon li, anplis tout lòt bagay ke li gen posibilite fè, selon ve ke li te fè a. Konsa, li va fè selon lalwa separasyon li an.’”
NUM 6:22 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 6:23 Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Konsa, nou va beni fis Israël yo. Nou va di yo:
NUM 6:24 SENYÈ a beni nou e kenbe nou;
NUM 6:25 SENYÈ a fè limyè figi li limen sou nou; epi fè gras anvè nou;
NUM 6:26 SENYÈ a fè vizaj li vin gade nou, e bannou lapè.’
NUM 6:27 Se konsa yo va rele non Mwen pou fis Israël yo, e se konsa Mwen va beni yo.
NUM 7:1 Alò nan jou ke Moïse te fin monte tabènak la, li te onksyone li, e li te konsakre li avèk tout zouti li yo, ak lotèl la, avèk tout zouti li yo. Li te onksyone yo e li te konsakre yo.
NUM 7:2 Chèf Israël yo, chèf lakay zansèt papa pa yo, te fè yon ofrann. Yo menm te chèf a tribi yo. Se te sila ki te sou mesye kontwolè yo.
NUM 7:3 Lè yo te mennen ofrann pa yo devan SENYÈ a, sis kabwèt kouvri, avèk douz bèf kabwèt, yon kabwèt pou chak de chèf, yon bèf pou chak nan yo, epi yo te prezante yo devan tabènak la.
NUM 7:4 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 7:5 “Aksepte bagay sa yo pou yo menm, pou yo kapab sèvi nan sèvis Tant Asanble a, e ou va bay yo a Levit yo, a chak mesye selon sèvis pa yo.”
NUM 7:6 Konsa, Moïse te pran kabwèt yo avèk bèf yo, e li te bay yo a Levit yo.
NUM 7:7 De kabwèt ak kat bèf, li te bay a fis Guerschon yo, selon sèvis pa yo,
NUM 7:8 epi kat kabwèt avèk uit bèf, li te bay a fis Merari yo, selon sèvis pa yo, anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.
NUM 7:9 Men li pa t bay a fis Kehath yo akoz sèvis pa yo se te sèvis bagay sen ke yo te pote sou zepòl yo.
NUM 7:10 Chèf yo te ofri ofrann dedikasyon an pou lotèl la lè li te fin onksyone. Konsa chèf yo te ofri ofrann yo devan lotèl la.
NUM 7:11 SENYÈ a te di a Moïse: “Kite yo prezante ofrann pa yo, yon chèf chak jou, pou dedikasyon lotèl la.”
NUM 7:12 Alò, sila ki te prezante ofrann li nan premye jou a, se te Nachschon, fis a Amminadab nan tribi Juda a.
NUM 7:13 Ofrann pa li a se te yon plato fèt an ajan avèk yon pèz de san trant sik, yon bòl fèt an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de ki plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
NUM 7:14 yon kiyè fèt an lò a dis sik ranpli avèk lansan;
NUM 7:15 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
NUM 7:16 yon mal kabrit kòm ofrann peche;
NUM 7:17 epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Nachschon, fis a Amminadab la.
NUM 7:18 Nan dezyèm jou a Nethaneel, fis a Tsuar a, chèf a Issacar a, te prezante yon ofrann.
NUM 7:19 Li te prezante kòm ofrann li yon kiyè fèt an ajan avèk yon pèz de san-trant sik, yon bòl an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de te plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
NUM 7:20 yon kiyè soup an lò a dis sik ranpli avèk lansan;
NUM 7:21 Yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
NUM 7:22 yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
NUM 7:23 epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan.
NUM 7:24 Nan twazyèm jou a, se te Éliab fis a Hélon an, chèf a Zabulon an.
NUM 7:25 Ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz de trant sik, yon bòl an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
NUM 7:26 yon kiyè soup an lò a dis sik plen avèk lansan;
NUM 7:27 yon jenn towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, pou yon ofrann brile;
NUM 7:28 Yon mal belye pou yon ofrann peche,
NUM 7:29 epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Éliab la, fis a Hélon an.
NUM 7:30 Nan katriyèm jou a, se te Élitsur, fis a Schedéur a, chèf a fis Ruben yo;
NUM 7:31 ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk pèz de san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
NUM 7:32 yon kiyè nan dis sik plen avèk lansan;
NUM 7:33 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
NUM 7:34 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
NUM 7:35 epi pou ofrann sakrifis lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élitsur a, fis a Schedéur a.
NUM 7:36 Nan senkyèm jou a, se te Schelumiel, fis a Schedéur a, chèf a fis Siméon yo;
NUM 7:37 ofrann pa li a, se te yon plato an ajan avèk yon pèz de san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de nan yo plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
NUM 7:38 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
NUM 7:39 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
NUM 7:40 yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
NUM 7:41 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Schelumiel la, fis a Schedéur a.
NUM 7:42 Nan sizyèm jou a, se te Élisaph, fis a Déuel la, chèf a fis Gad yo;
NUM 7:43 ofrann pa li a se te yon plato an ajan nan pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de nan yo plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
NUM 7:44 yon kiyè soup an lò nan dis sik ranpli avèk lansan
NUM 7:45 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile;
NUM 7:46 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
NUM 7:47 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élisaph la, fis a Déuel la.
NUM 7:48 Nan setyèm jou a, se te Élischama fis a Ammihud la, chèf a fis Ephraïm yo;
NUM 7:49 ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
NUM 7:50 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
NUM 7:51 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile;
NUM 7:52 yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
NUM 7:53 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élischama a, fis a Ammihud la.
NUM 7:54 Nan uityèm jou a, se te Gamaliel, fis a Pedahtsur a, chèf a fis Mannasé yo;
NUM 7:55 ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
NUM 7:56 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
NUM 7:57 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile;
NUM 7:58 yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
NUM 7:59 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann Gamaliel, fis a Pedahtsur a.
NUM 7:60 Nan nevyèm jou a, se te Abidan fis a Guideoni a, chèf a fis Benjamin yo;
NUM 7:61 ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
NUM 7:62 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
NUM 7:63 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
NUM 7:64 yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
NUM 7:65 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Abidan, fis a Guideoni a.
NUM 7:66 Nan dizyèm jou a, se te Ahiézer fis a Ammischaddaï a, chèf a fis Dan yo.
NUM 7:67 Ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
NUM 7:68 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
NUM 7:69 yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
NUM 7:70 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
NUM 7:71 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Ahiézer, fis a Ammischaddaï a.
NUM 7:72 Nan onzyèm jou a, se te Paguiel, fis a Ocran an, chèf a fis Acer yo;
NUM 7:73 ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
NUM 7:74 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
NUM 7:75 yon towo, yon belye, yon mal mouton avèk laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
NUM 7:76 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
NUM 7:77 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Paguiel, fis a Ocran an.
NUM 7:78 Nan douzyèm jou a, se te Ahira, fis a Énan an, chèf a fis Nephtali yo;
NUM 7:79 ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
NUM 7:80 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
NUM 7:81 yon towo, yon belye, yon mal mouton avèk laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
NUM 7:82 Yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
NUM 7:83 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Ahira, fis a Enam an.
NUM 7:84 Sa se te ofrann dedikasyon pou lotèl la pa chèf Israël yo nan jou lotèl la te onksyone a: douz plato an ajan, douz bòl an ajan, douz kiyè soup ki fèt an lò,
NUM 7:85 chak plato ajan te peze san-trant sik e chak bòl swasann-dis; tout ajan a zouti yo se te de-mil-kat-san (2,400) sik, selon sik sanktyè a;
NUM 7:86 douz kiyè soup an lò, plen lansan, ki peze dis sik chak, selon sik a sanktyè a, tout lò a kiyè yo te fè san-ven (120) sik.
NUM 7:87 Tout bèf pou ofrann brile a, douz towo, belye yo douz, mal mouton nan laj 1 nan avèk ofrann sereyal pa yo, e douz mal kabrit kòm ofrann peche a;
NUM 7:88 epi tout bèf pou sakrifis lapè yo, venn-kat towo, belye yo, swasant, mal kabrit yo, swasant, mal mouton nan laj 1 nan yo, swasant. Sa se te ofrann dedikasyon lotèl la apre li te fin onksyone a.
NUM 7:89 Alò, lè Moïse te antre nan Tant Asanble a pou pale avèk Li, li te tande vwa a pale avèk li soti anwo twòn pwopiyatwa a ki te sou lach temwayaj la, ki sòti depi nan antre cheriben yo; e Li te pale avèk li.
NUM 8:1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 8:2 “Pale avèk Aaron e di li: ‘Lè ou monte lanp yo, sèt lanp sa yo va bay limyè pa devan chandelye a.’”
NUM 8:3 Konsa, Aaron te fè sa. Li te monte lanp pa li a pa devan chandelye a, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
NUM 8:4 Men kòman mendèv chandelye a te ye; fèt avèk lò ki bat, soti nan baz li jis rive nan flè yo, li te yon travay ki bat. Selon modèl ke SENYÈ a te montre a Moïse la, konsa li te fè chandelye a.
NUM 8:5 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 8:6 “Pran Levit yo soti nan fis Israël yo e fè yo vin pwòp.
NUM 8:7 Se konsa ou va fè pou fè yo vin pwòp: flite dlo ki pirifye sou yo. Kite yo pase razwa sou tout kò yo e lave rad yo; epi yo va vin pwòp.
NUM 8:8 Konsa, kite yo pran yon towo avèk ofrann sereyal li a, farin fen mele avèk lwil; epi yon dezyèm towo, ou va pran kòm yon ofrann peche.
NUM 8:9 Alò, ou va prezante Levit yo devan Tant Asanble a. Ou va osi rasanble tout kongregasyon a fis Israël yo.
NUM 8:10 Ou va prezante Levit yo devan SENYÈ a. Fis Israël yo va poze men yo sou Levit yo,
NUM 8:11 epi Aaron va prezante Levit yo devan SENYÈ a kòm yon ofrann balanse vè lotèl la, soti nan fis Israël yo, pou yo kapab kalifye pou fè sèvis SENYÈ a.
NUM 8:12 “Alò, Levit yo va poze men yo sou tèt a towo yo, epi ou va ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou Levit yo.
NUM 8:13 Ou va fè Levit yo kanpe devan Aaron ak devan fis li yo pou prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la bay SENYÈ a.
NUM 8:14 Konsa, ou va separe Levit yo soti nan fis Israël yo, e Levit yo va vin pou Mwen.
NUM 8:15 “Epi apre sa, Levit yo kapab antre pou fè sèvis nan Tant Asanble a. Konsa, ou va netwaye yo e prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la;
NUM 8:16 paske yo te vin pou Mwen nèt soti nan fis Israël yo. Mwen te pran yo pou Mwen menm nan plas a tout sila ki sòti nan vant yo, premye ne nan tout fis Israël yo.
NUM 8:17 Paske tout gason premye ne pami fis Israël yo se pou Mwen, pami moun yo, ak pami bèt yo. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye yo pou Mwen menm.
NUM 8:18 Men Mwen te pran Levit yo nan plas a chak premye ne pami fis Israël yo.
NUM 8:19 Mwen te bay Levit yo kòm yon kado bay Aaron ak fis li yo soti pami fis Israël yo, pou ranpli sèvis a fis Israël yo nan Tant Asanble a, e pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo, jis pou pa vin gen gwo epidemi pami fis Israël yo akoz ke yo vin pwoche toupre sanktyè a.”
NUM 8:20 Konsa Moïse avèk Aaron, ak tout kongregasyon a fis Israël yo te fè pou Levit yo. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, konsa fis Israël yo te fè yo.
NUM 8:21 Levit yo tou, te pirifye yo menm de peche e te lave rad yo. Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Aaron, osi, te fè ekspiyasyon pou yo, pou fè yo vin pwòp.
NUM 8:22 Epi apre Levit yo te antre pou fè sèvis pa yo nan Tant Asanble a, devan Aaron ak devan fis li yo: jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, se konsa yo te fè pou yo.
NUM 8:23 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
NUM 8:24 “Sa se lòd ki aplike pou Levit yo: soti nan laj venn-senkan e plis, yo va antre pou fè sèvis nan travay a Tant Asanble a.
NUM 8:25 Men nan laj a senkantan, yo va pran retrèt nan sèvis travay la. Yo p ap travay ankò.
NUM 8:26 Sepandan, yo va asiste frè yo nan Tant Asanble a, pou kenbe devwa yo, men yo pa pou travay yo menm. Konsa ou va aji avèk Levit yo konsènan devwa yo.”
NUM 9:1 SENYÈ a te pale avèk Moïse nan dezè Sinaï a, nan premye mwa nan dezyèm ane a lè yo te fin sòti nan Égypte la. Li te di:
NUM 9:2 “Alò, kite fis Israël yo obsève fèt Pak la nan lè ki apwente pou li a.
NUM 9:3 Nan katòzyèm jou nan mwa sa a, nan aswè avan li fènwa, nou va obsève li nan lè apwente a. Nou va obsève li avèk tout règleman e avèk tout òdonans li yo.”
NUM 9:4 Konsa, Moïse te pale ak fis Israël yo pou obsève Pak la.
NUM 9:5 Yo te obsève Pak la nan premye mwa, nan katòzyèm jou a, nan aswè lè li fenk kòmanse fènwa, nan dezè Sinaï a. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, se konsa fis Israël yo te fè.
NUM 9:6 Men te gen kèk mesye ki pa t pwòp akoz yon mò. Akoz sa, yo pa t kab obsève Pak la nan jou sa a. Konsa yo te vin devan Moïse avèk Aaron nan jou sa a.
NUM 9:7 Mesye sa yo te di li: “Malgre nou pa pwòp akoz mò a, poukisa nou anpeche vin prezante ofrann SENYÈ a nan lè apwente pami fis Israël yo?”
NUM 9:8 Konsa, Moïse te reponn yo: “Tann, e mwen va koute sa ke SENYÈ a va kòmande pou nou menm.”
NUM 9:9 Epi SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 9:10 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Si nenpòt nan nou, oswa nan desandan nou yo vin pa pwòp akoz yon mò, oswa se nan yon vwayaj, malgre sa, li kapab obsève Pak SENYÈ a.
NUM 9:11 Nan dezyèm mwa a, sou katòzyèm jou a, nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa, yo va obsève li. Yo va manje li avèk pen san ledven ak zèb anmè.
NUM 9:12 Yo p ap kite anyen ladann pou rive nan maten, ni kase okenn zo ladann. Selon tout règleman a Pak la, yo va obsève li.
NUM 9:13 Men mesye ki pwòp e ki pa nan yon vwayaj, ki malgre sa, neglije obsève Pak la, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a. Paske li pa t prezante ofrann bay SENYÈ a nan lè chwazi a. Nonm sila a va pote peche li.
NUM 9:14 “‘Si yon etranje demere pami nou e li obsève Pak SENYÈ a, li gen pou fè l selon règleman a Pak la, ak selon òdonans li. Nou va genyen yon sèl règleman, ni pou etranje, ni pou natif peyi a.’”
NUM 9:15 Alò, nan jou ke tabènak la te monte a, nwaj te vin kouvri tabènak la ak tant temwayaj la, e nan aswè, li te tankou aparans dife sou tabènak la, jis rive nan maten.
NUM 9:16 Se konsa li te ye tout tan. Nwaj te vin kouvri li nan lajounen, e aparans dife a nan lannwit.
NUM 9:17 Nenpòt lè nwaj te leve sou tant lan, fis Israël yo te leve vwayaje. Nan plas kote nwaj la te vin poze a, se la fis Israël yo te kanpe fè kan an.
NUM 9:18 Sou kòmand a SENYÈ a, fis Israël yo te pati, e sou kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an. Tout tan ke nwaj la te poze sou tabènak la, yo te rete nan kan an.
NUM 9:19 Menm lè nwaj la te fè reta sou tabènak la pandan anpil jou, fis Israël yo te kenbe lòd SENYÈ a. Yo pa t pati.
NUM 9:20 Si, pafwa nwaj la te rete kèk jou sou tabènak la, selon kòmand SENYÈ a, yo te rete nan kan an. Epi selon kòmand SENYÈ a, yo te vin pati.
NUM 9:21 Si, pafwa nwaj la te rete soti nan aswè pou jis rive nan maten, lè nwaj la te leve nan maten, yo te deplase; oswa, si li te rete nan lajounen ak lannwit, nenpòt lè ke nwaj la te leve a, yo te vin pati.
NUM 9:22 Sof ke se te pou de jou, oswa yon mwa, oswa 1 nan ke nwaj la te mize sou tabènak la, depi li rete anwo li, fis Israël yo te rete nan kan an. Yo pa t pati. Men lè li te vin leve, yo te pati.
NUM 9:23 Ak kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an, e nan kòmand a SENYÈ a, yo te pati. Yo te kenbe lòd SENYÈ a selon kòmand SENYÈ a, selon Moïse.
NUM 10:1 Senyè a te pale avèk Moïse. Li te di li:
NUM 10:2 Fè pou ou menm de twonpèt an ajan, yon zèv ajan ki bat, ou va fè yo. Konsa, ou va sèvi ak yo pou fè tout asanble a rasanble, e pou fè kan yo pati.
NUM 10:3 Lè toude vin sone, tout kongregasyon an va rasanble yo menm anvè ou nan pòtay a tant asanble a.
NUM 10:4 Men si se yon sèl ki sone, alò, se chèf yo, tèt a dè milye an Israël yo ki va rasanble devan ou.
NUM 10:5 Lè nou sone pou avèti, kan ki rete nan kote lès yo, va pati.
NUM 10:6 Lè nou sone pou avèti yon dezyèm fwa, kan ki nan kote sid yo, va pati. Yon son avèti va soufle pou yo pati.
NUM 10:7 Sepandan, lè nou ap reyini asanble a, ou va soufle twonpèt yo, men pa avèk son avèti yo.
NUM 10:8 Anplis, se prèt yo, fis a Aaron yo ki va soufle twonpèt yo. Konsa, sa va pou nou yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo.
NUM 10:9 Lè nou fè lagè nan peyi nou kont advèsè ki vin atake nou yo, alò, nou va sone yon son avèti avèk twonpèt yo, pou nou kapab sonje devan SENYÈ a, Bondye nou an, e vin sove de lènmi nou yo.
NUM 10:10 “Osi, nan jou kè kontan yo, nan fèt apwente nou yo, ak nan premye jou nan mwa nou yo, nou va sone twonpèt yo sou ofrann brile nou yo, sou ofrann sakrifis lapè yo. Yo va tankou yon son pou nou menm devan Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”
NUM 10:11 Alò, nan dezyèm ane a, nan dezyèm mwa a, nan ventyèm nan mwa a, nwaj la te leve pa anwo tabènak temwayaj la.
NUM 10:12 Konsa, fis Israël yo te pati nan vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tann nan dezè Paran an.
NUM 10:13 Konsa, yo te derape pou premye fwa selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
NUM 10:14 Drapo kan Juda a selon lame pa yo, te sòti avan, avèk Nachschon, fis a Amminadab la sou lame pa li.
NUM 10:15 Nethaneel, fis a Tsuar a, te sou lame tribi a fis Issacar yo.
NUM 10:16 Eliab, fis a Hélon an, te sou lame tribi a fis Zabulon an,
NUM 10:17 Tabènak la te vin demonte, epi fis a Guerschon yo avèk fis a Merari yo, ki t ap pote tabènak la, te pati.
NUM 10:18 Apre, drapo kan Ruben an, selon lame pa yo te pati avèk Élitsur, fis a Schedéur a sou lame pa li.
NUM 10:19 Schelumiel, fis a Tsurischaddaï a te sou lame tribi a fis Siméon yo.
NUM 10:20 Élisaph, fis a Déuel la te sou lame tribi a fis Gad yo.
NUM 10:21 Epi Kehath yo te derape. Yo t ap pote bagay sen yo. Lòt yo te gen tan monte tabènak la avan ke yo te rive.
NUM 10:22 Apre, drapo a kan Ephraïm nan te pati, selon lame pa yo. Élischama, fis a Ammihud la te sou tèt lame pa li a.
NUM 10:23 Gamaliel, fis a Pedahstsur te sou tèt lame tribi a fis Manassé yo.
NUM 10:24 Abidan, fis a Guideoni te sou tèt lame a fis Benjamin yo.
NUM 10:25 Drapo kan fis a Dan nan, selon lame yo, te fòme gad an aryè pou tout kan yo. Yo derape avèk Ahiézer, fis a Ammischaddaï sou tèt lame pa li a.
NUM 10:26 Paguiel, fis a Ocran an te sou tèt lame tribi a fis Aser yo.
NUM 10:27 Ahira, fis a Énan an, te sou tèt lame tribi a fis Nephtali yo.
NUM 10:28 Konsa te lòd vwayaj la a pou fis Israël yo selon lame pa yo, lè yo te vin pati.
NUM 10:29 Moïse te di a Hobab, fis a Réuel la, Madyanit lan, bòpè a Moïse la: “Nou ap pati pou kote ke SENYÈ a te di a, ‘Mwen va bannou li.’ Vini avèk nou, e nou va fè ou byen; paske SENYÈ a te pwomèt sa ki bon konsènan Israël.”
NUM 10:30 Men li te di li: “Mwen p ap vini, men olye de sa, m ap ale nan peyi pa m avèk fanmi pa mwen yo.”
NUM 10:31 Alò li te di: “Souple, pa kite nou, kòmsi ou konnen kote nou dwe fè kan nan dezè a, e ou va pou nou tankou zye nou.
NUM 10:32 Se konsa sa va ye, ke si ou ale avèk nou, ke nenpòt sa ki bon ke SENYÈ a fè pou nou, nou va fè pou ou tou.”
NUM 10:33 Konsa yo te pati soti nan mòn SENYÈ a, yon vwayaj twa jou avèk lach temwayaj SENYÈ a ki te vwayaje pandan twa jou devan yo pou chache yon kote pou yo kab poze.
NUM 10:34 Nwaj SENYÈ a te sou yo nan lajounen lè yo te kite kan an.
NUM 10:35 Epi li te vin rive ke lè lach la te derape ke Moïse te di: “Leve O SENYÈ! Kite sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou.”
NUM 10:36 Lè l te vin poze li te di: “Retounen, O SENYÈ a vè bokou milye de Israël yo.”
NUM 11:1 Alò, pèp la te devni kòm sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an.
NUM 11:2 Pou sa, pèp la te kriye fò bay Moïse. Moïse te priye bay SENYÈ a, e dife a te ralanti.
NUM 11:3 Konsa, non a kote sa a te rele Tabeéra akoz dife SENYÈ a ki te brile pami yo.
NUM 11:4 Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje?
NUM 11:5 Nou sonje pwason ke nou te konn manje gratis nan peyi Égypte, avèk konkonb ak melon, zonyon, ak lay;
NUM 11:6 men koulye a, nanm nou vin sèch. Nanpwen anyen pou nou ta gade sof ke lamàn sa a.”
NUM 11:7 Alò, lamàn nan te tankou grenn pitimi avèk aparans gonm arabik.
NUM 11:8 Pèp la t ap fè ale retou pou ranmase li. Yo te moulen li antre de wòch moulen, oswa bat li nan yon pilon, bouyi li nan yon chodyè, epi fè gato avèk li. Li gen gou tankou gou a gato ki fèt ak lwil.
NUM 11:9 Lè lawouze te vin tonbe nan kan an pandan nwit lan, lamàn te tonbe avè l.
NUM 11:10 Alò, Moïse te tande pèp la ki t ap kriye pami tout fanmi yo, chak mesye nan pòtay a tant li. Konsa, chalè a SENYÈ a te vin limen anpil, e Moïse te malkontan.
NUM 11:11 Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen?
NUM 11:12 Èske se mwen menm ki te vin peple fè tout pèp sa a? Èske se mwen menm ki te fè yo vin parèt pou Ou ta di mwen: ‘Pote yo nan sen ou tankou yon fanm nouris pote yon ti bebe k ap tete, pou rive nan yon peyi ke Ou te sèmante a papa yo?’
NUM 11:13 Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m! Yo te di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’
NUM 11:14 Mwen sèl mwen p ap kab pote tout pèp sa a; se twòp chaj pou mwen.
NUM 11:15 Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”
NUM 11:16 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Rasanble pou Mwen swasann-dis nonm ki soti nan ansyen Israël yo, pami sila a ou konnen kòm ansyen a pèp la, ak ofisyèl yo. Mennen yo nan tant asanble a e kite yo vin fè kanpe pa yo ansanm avè w la a.
NUM 11:17 Alò, Mwen va vin desann pou pale avèk ou la a. Konsa, Mwen va pran nan lespri ki sou ou a, pou mete li sou yo; epi yo va pote fado a avèk ou, pou ou pa oblije pote li ou sèl ou.
NUM 11:18 “Di a pèp la: ‘Konsakre nou pou demen e nou va manje vyann; paske nou te kriye nan zòrèy SENYÈ a, e te di: “O ke yon moun bannou vyann pou nou manje! Paske nou te byen okipe an Égypte.” Konsa, SENYÈ a va bannou vyann, e nou va manje.
NUM 11:19 Nou va manje, pa pou yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni di jou, ni ven jou,
NUM 11:20 men yon mwa nèt, jis li vin sòti nan nen nou, e vin abominab pou nou; akoz nou te rejte SENYÈ a ki pami nou, e nou te kriye devan Li pou te di: “Poukisa nou te janmen kite Égypte?”’”
NUM 11:21 Men Moïse te di: “Pèp pami sila Mwen ye a se sis-san-mil sou pye; sepandan, Ou te di, ‘Mwen va bay yo vyann, pou yo kab manje jis yon mwa nèt.’
NUM 11:22 “Si bann mouton avèk twoupo yo ta touye pou yo èske sa ta sifi pou yo?”
NUM 11:23 SENYÈ a te di a Moïse: “Èske pouvwa SENYÈ a limite? Koulye a, ou va wè si pawòl Mwen va vin vre pou ou oswa non.”
NUM 11:24 Konsa, Moïse te sòti deyò. Li te di pèp la pawòl SENYÈ a. Osi, li te rasanble swasann-dis gason nan ansyen pami pèp la, e li te estasyone yo antoure tant la.
NUM 11:25 Alò, SENYÈ a te vin desann nan nwaj la, e Li te pale avèk li. Li te pran nan Lespri ki te sou li a, e li te plase Li sou swasann-dis ansyen yo. Epi lè Lespri a te poze sou yo, yo te pwofetize. Men yo pa t fè sa ankò.
NUM 11:26 Men de mesye nan ansyen yo te rete nan kan an; Non a youn te Eldad, e non a lòt la te Médad. Epi Lespri a te vin rete sou yo. Yo menm te pami sila ki te anrejistre kòm ansyen yo, men ki pa t sòti pou ale nan tant lan; men yo te pwofetize nan kan an.
NUM 11:27 Konsa, yon jennonm te kouri di Moïse: “Eldad avèk Médad ap pwofetize nan kan an.”
NUM 11:28 Epi Josué, fis a Nun nan, ki te sèvitè Moïse depi nan jenès li, te di: “Moïse, senyè mwen an, anpeche yo.”
NUM 11:29 Men Moïse te di li: “Èske ou jalou pou tèt mwen? Pito ke tout pèp SENYÈ a te pwofèt, pou SENYÈ a ta mete Lespri Li sou yo!”
NUM 11:30 Epi Moïse te retounen nan kan an, ni li, ni ansyen Israël yo.
NUM 11:31 Alò, te vin souleve yon van sòti nan SENYÈ a. Li te mennen zwazo kay sòti nan lanmè, e Li te kite yo tonbe akote kan an, anviwon distans de yon vwayaj yon jounen sou yon bò, e vwayaj a yon jounen de lòt bò a, toutotou kan an, epi plis oswa mwens de koude (twa pye) pwofondè sou sifas tè a.
NUM 11:32 Pèp la te pase tout jounen, tout nwit lan, ak tout jou aprè a nan ranmase zòtolan. Sila ki te ranmase mwens lan, te ranmase dis omè (ven lit), e yo te poze yo gaye pou yo toupatou nan kan an.
NUM 11:33 Pandan vyann nan te toujou nan dan yo, avan yo te menm moulen li, kòlè SENYÈ a te vin limen kont pèp la, e SENYÈ a te frape pèp la avèk yon epidemi byen sevè.
NUM 11:34 Konsa, non a kote sa a te rele Kibroth Hattaava, akoz ke se ladann, yo te antere pèp ki te voras yo.
NUM 11:35 Soti nan Kibroth Hattaava, pèp la te ale Hazeroth, e yo te vin rete Hazeroth.
NUM 12:1 Marie avèk Aaron te vin pale kont Moïse akoz fanm Koushit ke li te marye a; paske li te marye avèk yon fanm Koushit;
NUM 12:2 Konsa, yo te di: “Èske SENYÈ a vrèman te pale sèlman ak Moïse? Èske Li pa t pale ak nou menm tou?” Epi SENYÈ a te tande sa.
NUM 12:3 Alò, nonm Moïse la te trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.
NUM 12:4 Sibitman, SENYÈ a te di a Moïse ak Aaron avèk Marie: “Nou twa a, vin sòti nan tant asanble a”. Alò, yo twa a te sòti.
NUM 12:5 Epi SENYÈ a te desann nan yon pilye nwaj. Li te kanpe nan pòtay tant asanble a, e Li te rele Aaron avèk Marie. Yo toude te vin avanse.
NUM 12:6 Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv.
NUM 12:7 Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen;
NUM 12:8 Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”
NUM 12:9 Epi kòlè SENYÈ a te brile kont yo, e Li te pati.
NUM 12:10 Lè nwaj la te kite tant lan, vwala, Marie te gen lalèp, blan tankou lanèj. Epi lè Aaron te gade, alò, Marie te gen lalèp.
NUM 12:11 Aaron te di Moïse: “O senyè Mwen an! Mwen mande ou souple, pa konte peche sa a kont nou, nan sila nou te aji avèk foli a, ak nan sila nou te peche a.
NUM 12:12 O Pa kite chè Marie rete kòm yon timoun ki fenk fèt mouri, ki sòti nan vant manman li avèk chè li mwatye manje!”
NUM 12:13 Moïse te kriye fò bay SENYÈ a. Li te di: “O Bondye, geri li, mwen priye Ou!”
NUM 12:14 Men SENYÈ a te reponn Moïse: “Si papa li te sèlman krache nan figi li, èske li pa t ap pote wont li pandan sèt jou? Kite li rete fèmen pandan sèt jou deyò kan an. Apre, l ap kapab rantre ankò.”
NUM 12:15 Konsa Marie te fèmen deyò kan an pandan sèt jou, e pèp la pa t deplase jiskaske Marie te vin rantre ankò.
NUM 12:16 Apre sa a, pèp la te deplase kite Hatséroth pou te fè kan nan dezè Paran an.
NUM 13:1 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 13:2 Voye mesye ki kapab fè espyonaj nan peyi Canaran ke Mwen va bay fis Israël yo. Ou va voye yon nonm sòti nan chak tribi zansèt a papa pa yo, youn nan chèf pami yo.
NUM 13:3 Konsa, Moïse te voye yo soti nan dezè Paran an selon kòmand a SENYÈ a. Yo tout te chèf a fis Israël yo.
NUM 13:4 Sa yo, alò, se te non yo: soti nan tribi Ruben an, Schammua, fis a Zaccur a;
NUM 13:5 soti nan tribi a Siméon an: Schaphath, fis a Hori a;
NUM 13:6 pou tribi a Juda a: Caleb, fis a Jephaunné a;
NUM 13:7 pou tribi a Issacar a: Jigual, fis a Joseph la;
NUM 13:8 pou tribi a Ephraïm nan: Hosée, fis a Nun nan
NUM 13:9 pou tribi a Benjamin an: Palthi, fis a Raphu a;
NUM 13:10 pou tribi a Zabulon an: Gaddiel, fis a Sodi a;
NUM 13:11 pou tribi a Joseph la, tribi a Manassé a: Gaddi, fis a Sisi a;
NUM 13:12 pou tribi a Dan nan: Ammiel, fis a Guemalli a;
NUM 13:13 pou tribi a Hacer a: Sethur, fis a Micaël la;
NUM 13:14 pou tribi a Nephtali a: Nachbi, fis a Vophsi a;
NUM 13:15 pou tribi a Gad la: Guéuel, fis a Maki a.
NUM 13:16 Sa yo, se non a mesye ke Moïse te voye pou fè espyonaj peyi a. Men Moïse te rele Hosée, fis a Nun nan, Josué.
NUM 13:17 Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo.
NUM 13:18 Kontwole pou wè kijan peyi a ye, si pèp ki rete ladann nan, gen fòs, oswa si yo fèb, e si yo gen anpil, oswa pa anpil moun.
NUM 13:19 Kijan tè kote yo viv la ye, kit li bon, oswa pa bon? Epi kijan vil kote yo viv la ye, èske se kan san pwotèj, oswa avèk fò?
NUM 13:20 Kijan tè a ye? Èske li rich, oswa pòv? Si gen pyebwa oswa si pa genyen? Epi fè yon efò pou pran kèk nan fwi peyi a.” Alò, se te tan ke premye rezen yo t ap vin mi.
NUM 13:21 Se konsa, yo te monte pou te fè espyonaj sou peyi a soti nan dezè a Tsin nan, jis pou rive Rehob, nan chemen Hamath (Lebo-Hamath) lan.
NUM 13:22 Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.)
NUM 13:23 Yo te rive nan vale Eschcol e soti la, yo te koupe yon sèl branch avèk yon sèl grap rezen; epi yo te pote li sou yon poto antre de gason avèk kèk grenad ak pye fig frans.
NUM 13:24 Kote sa a te vin rele vale a Eschcol, akoz gwo grap rezen ke fis Israël la te koupe fè desann soti la yo.
NUM 13:25 Yo te sòti retounen nan espyonaj peyi a, nan fen karant jou yo.
NUM 13:26 Yo te vini vè Moïse avèk Aaron ak tout kongregasyon a fis Israël yo nan dezè Paran an, vè Kadès; epi yo te pote nouvèl la pou di a tout kongregasyon an, e pou te montre yo fwi peyi a.
NUM 13:27 Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e sa a se fwi li.
NUM 13:28 “Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè desandan Anak yo la.
NUM 13:29 Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebizyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”
NUM 13:30 Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”
NUM 13:31 Men mesye ki te monte avè l yo te di: “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.”
NUM 13:32 Konsa, yo te livre yon move rapò a fis Israël yo sou peyi kote yo te fè ankèt la. Yo te di: “Peyi kote nou te ale a, nan ankèt sa a, se yon peyi ki devore moun li ye, e tout pèp ke nou te wè ladann yo, se moun ki byen gran.
NUM 13:33 La, osi, nou te wè jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”
NUM 14:1 Epi tout kongregasyon an te leve vwa yo pou te rele, e pèp la te kriye nan nwit lan.
NUM 14:2 Tout fis Israël yo te bougonnen kont Moïse ak Aaron. Tout kongregasyon an te di yo: “Pito ke nou te mouri nan peyi Égypte la! O pito nou te mouri nan dezè sa a!
NUM 14:3 Poukisa SENYÈ a ap mennen nou nan peyi sa a, pou tonbe anba nepe? Madanm nou yo avèk pitit nou yo va devni piyay. Èske li pa t ap pi bon pou nou pou retounen an Égypte?”
NUM 14:4 Epi yo te di youn lòt: “Annou chwazi yon chèf, pou retounen an Égypte.”
NUM 14:5 Konsa, Moïse avèk Aaron te tonbe sou figi yo nan prezans a tout asanble kongregasyon a fis Israël yo.
NUM 14:6 Josué, fis a Nun lan avèk Caleb, fis a Jephaunné a, nan sila ki te fè espyonaj nan peyi a, te chire rad yo.
NUM 14:7 Yo te pale avèk tout kongregasyon a fis Israël yo, e te di: “Peyi ke nou te pase ladann pou fè ankèt la, se yon vrèman bon peyi.
NUM 14:8 Si SENYÈ a kontan avèk nou, alò, Li va mennen nou nan peyi sa a pou bannou li—yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
NUM 14:9 Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a; ni pa pè pèp peyi sa a, paske, nou va devore yo. Pwoteksyon yo ale, e SENYÈ a avèk nou. Pa pè yo.”
NUM 14:10 Men tout kongregasyon an te kòmanse lapide yo avèk kout wòch. Konsa laglwa SENYÈ a te parèt nan tant asanble a a tout fis Israël yo.
NUM 14:11 SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan, moun sa yo va desann mwen konsa? Pou konbyen de tan yo va refize kwè nan Mwen, malgre tout sign ke M te fè nan mitan yo?
NUM 14:12 Mwen va frape yo avèk gwo mizè. Mwen va dizerite yo. Mwen va fè ou menm vin fòme yon nasyon pi gwo e pi fò ke yo.”
NUM 14:13 Men Moïse te reponn SENYÈ a: “Alò Ejipsyen yo va tande bagay sa a, paske pa pwisans Ou, Ou te mennen fè monte pèp sa a soti nan mitan yo.
NUM 14:14 Konsa, yo va pale sa a sila ki rete nan peyi sila yo. Yo te tande ke Ou menm, O SENYÈ a, rete nan mitan pèp sa a. Paske Ou menm, O SENYÈ a, yo fè wè fasafas, e nwaj Ou kanpe sou yo; epi Ou ale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen ak yon pilye dife pandan lannwit.
NUM 14:15 Alò, si ou touye pèp sa a tankou se yon sèl moun, alò, nasyon ki te tande tout istwa Ou yo, va di:
NUM 14:16 ‘Akoz SENYÈ a pa t kab mennen pèp sa nan peyi ke Li te pwomèt yo avèk sèman an, pou sa, li te detwi yo nan dezè a.’
NUM 14:17 “Men koulye a, mwen priye, pou pwisans a SENYÈ a vin gwo, jis jan ke Ou te deklare a,
NUM 14:18 ‘SENYÈ a lan nan fè kòlè; Li ranpli avèk lanmou dous, ki padone inikite avèk transgresyon yo. Li p ap janm bliye tò a koupab yo, men Li va vizite inikite a papa yo sou pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.’
NUM 14:19 “Padone, mwen priye Ou, inikite a pèp sa a selon grandè lanmou dous Ou a, jis jan ke Ou menm, osi, te padone pèp sa a, depi an Égypte pou jis rive koulye a.”
NUM 14:20 Konsa, SENYÈ a te di: “Mwen te padone yo, jan ou te mande a;
NUM 14:21 men vrèman, jan Mwen viv la, tout latè va ranpli avèk laglwa SENYÈ a.
NUM 14:22 Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M.
NUM 14:23 Pa gen youn nan yo k ap wè peyi ke M te sèmante a papa yo a, ni p ap gen nan sila ki te rejte M yo, k ap wè l.
NUM 14:24 Men sèvitè Mwen an, Caleb, akoz li te gen yon lòt lespri, e li te swiv Mwen nèt, Mwen va mennen l nan peyi kote li te antre a, e desandan li yo va vin pran posesyon li.
NUM 14:25 Alò, moun Amalec avèk Canaran yo ap viv nan vale yo. Vire demen pou pati pou dezè a pa chemen Lamè Wouj la.
NUM 14:26 “SENYÈ a te pale avèk Moïse, e te di:
NUM 14:27 Pou konbyen de tan, Mwen va sipòte kongregasyon mechan sila k ap bougonnen kont Mwen an? Mwen fenk tande plent ke fis Israël yo ap fè kont Mwen.
NUM 14:28 “Di yo: ‘Jan Mwen vivan an, di SENYÈ a, mwen va fè pou ou tout bagay jan Mwen te tande ou di a.
NUM 14:29 Kadav nou yo va tonbe nan dezè sila a, menm tout mesye konte yo, nou tout soti nan ventan oswa plis, ki te bougonnen kont Mwen yo,
NUM 14:30 vrèman, nou p ap antre nan peyi kote Mwen te sèmante pou mete nou an, sof Caleb, fis a Jephunné a ak Jousé, fis a Nun nan.
NUM 14:31 Men pitit nou yo, ke nou te di ki ta devni yon objè lachas— Mwen va mennen yo antre ladann. Yo va konnen peyi ke nou menm te rejte a.
NUM 14:32 “‘Men pou nou menm, kadav nou va tonbe nan dezè sila a.
NUM 14:33 Fis nou yo va vin bèje pandan karantan nan dezè a, e yo va soufri pou enfidelite nou yo jiskaske kadav nou kouche nan dezè a.
NUM 14:34 Selon nonb de jou ke nou te fè ankèt nan peyi a, karant jou, pou chak jou, nou va pote inikite nou yo pandan 1 nan, Ki fè karantan total, e nou va konprann opozisyon Mwen an.’
NUM 14:35 Mwen, SENYÈ a te pale. Se vrèman sa Mwen va fè a tout kongregasyon mechan sila ki rasanble kont Mwen an. Nan dezè sa a, yo va vin detwi, e la yo va mouri.”
NUM 14:36 Pou mesye ke Moïse te voye pou fè ankèt nan peyi a, e ki te retounen pou fè tout kongregasyon an bougonnen kont Li yo lè yo te vin sòti avèk yon move rapò sou peyi a,
NUM 14:37 menm mesye sila yo ki te fè sòti rapò byen move a, yo te vin mouri akoz yon epidemi devan SENYÈ a.
NUM 14:38 Men Josué, fis Nun nan ak Caleb, fis a Jephaunné a te rete vivan pami sila ki te ale fè espyonaj peyi a.
NUM 14:39 Lè Moïse te pale pawòl sa yo a tout fis Israël yo, pèp la te leve fè gwo lamantasyon.
NUM 14:40 Sepandan, nan maten, yo te leve bonè, yo te monte vè krèt kolin ki nan peyi kolin yo. Yo te di: “Men nou isit la! Nou te vrèman fè peche, men nou va monte vè kote ke SENYÈ a te pwomèt la.”
NUM 14:41 Men Moïse te di: “Poukisa nou ap transgrese kòmandman a SENYÈ a, lè sa p ap reyisi?
NUM 14:42 Pa monte, oswa nou va frape devan lènmi nou yo, paske SENYÈ a pa pami nou.
NUM 14:43 Paske, moun Amalec yo ak Kananeyen yo va la devan nou, e nou va vin tonbe anba nepe, akoz ke nou te vire an aryè kite SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a p ap avèk nou.”
NUM 14:44 Men san prekosyon, yo te monte nan krèt peyi kolin nan. Men ni lach temwayaj la, ni Moïse te kite kan an.
NUM 14:45 Alò, moun Amalec yo avèk Kananeyen ki te rete nan peyi kolin yo, te vin desann. Yo te frape yo, e te bat yo jis rive nan Horma.
NUM 15:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
NUM 15:2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè nou antre nan peyi kote nou dwe viv la, peyi ke Mwen ap bannou an,
NUM 15:3 alò, fè yon ofrann pa dife a SENYÈ a—yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, swa kòm yon ofrann bòn volonte, swa nan tan apwente yo, pou fè yon odè ki santi bon a SENYÈ a, soti nan twoupo oswa nan bann mouton—
NUM 15:4 sila ki prezante ofrann li an, va prezante bay SENYÈ a yon ofrann sereyal de yon dizyèm efa farin fen mele avèk yon ka lwil.
NUM 15:5 Ou va prepare diven pou ofrann bwason an, yon ka boutèy, avèk ofrann brile a oswa pou sakrifis la, pou chak jenn mouton.
NUM 15:6 “‘Oswa pou yon belye, ou va prepare kòm yon ofrann sereyal, de dizyèm efa farin fen mele avèk yon tyè boutèy lwil;
NUM 15:7 epi pou ofrann bwason an, ou va ofri yon tyè boutèy diven kòm yon odè santi bon a SENYÈ a.
NUM 15:8 “‘Lè ou fin prepare yon towo kòm yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, oswa ofrann lapè bay SENYÈ a,
NUM 15:9 alò, ou va ofri avèk towo a yon ofrann sereyal fèt ak twa dizyèm efa farin fen mele avèk yon mwatye boutèy lwil;
NUM 15:10 epi ou va ofri kòm ofrann bwason, yon mwatye boutèy diven kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.
NUM 15:11 Konsa, li va fèt pou chak bèf, oswa chak belye, oswa chak nan jenn mouton mal yo, oswa kabrit yo.
NUM 15:12 Selon kantite ke nou prepare yo, konsa nou va fè pou chak selon kantite ki genyen an.
NUM 15:13 “‘Tout sila ki natif peyi yo, yo va fè bagay sa yo nan menm mòd la, nan prezante yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.
NUM 15:14 Si yon etranje vin demere pami nou, oswa youn ki kapab pami nou pandan tout jenerasyon yo, e li vle fè yon ofrann pa dife, kòm yon ofrann ki santi bon an SENYÈ a, menm jan ak nou, se konsa li va fè l.
NUM 15:15 Epi pou asanble a, va genyen yon sèl règleman pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an, yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Jan nou menm ye a, se konsa etranje a va ye devan SENYÈ a.
NUM 15:16 Va genyen yon sèl lwa, ak yon sèl òdonans pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an.’”
NUM 15:17 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
NUM 15:18 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi kote Mwen mennen nou an,
NUM 15:19 alò konsa sa va rive, ke lè nou manje nan manje peyi a, nou va leve yon ofrann bay SENYÈ a.
NUM 15:20 “‘Nan premye bòl farin moulen nou an, nou va fè leve yon gato kòm yon ofrann. Kòm ofrann moulen glasi, nou va leve li.
NUM 15:21 Soti nan premye bòl farin moulen an, nou va bay SENYÈ a yon ofrann pandan tout jenerasyon nou yo.
NUM 15:22 Men lè nou tonbe fè yon fòt pa eksprè, e nou vin pa obsève tout kòmandman sila ke SENYÈ a te pale a Moïse yo—
NUM 15:23 tout sa ke SENYÈ a te kòmande pa Moïse yo soti nan jou ke SENYÈ a te bay kòmandman an, avanse rive nèt pou tout jenerasyon yo—
NUM 15:24 alò, li va konte ke si sa fèt san entansyon, e san konesans kongregasyon an, ke tout kongregasyon an va ofri yon towo kòm yon ofrann brile, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa li a, ak ofrann bwason li an, selon òdonans lan, ak yon mal kabrit pou yon ofrann peche.
NUM 15:25 Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou tout kongregasyon fis Israël yo, e yo va vin padone; paske se te yon erè, e yo te pote ofrann pa yo, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, ofrann peche pa yo devan SENYÈ a, pou erè a.
NUM 15:26 “‘Konsa, tout kongregasyon fis Israël yo va vin padone, avèk etranje ki demere pami yo, paske sa te rive a tout pèp la akoz fòt erè.
NUM 15:27 Osi, si yon moun fè peche ki pa eksprè, alò, li va ofri yon femèl kabrit nan laj 1 nan kòm yon ofrann peche.
NUM 15:28 Prèt la va fè ekspiyasyon devan SENYÈ a pou moun ki kite chemen an lè li fè peche ki pa eksprè a, pou li k ap fè ekspiyasyon pou li pou jiskaske li kapab padone.
NUM 15:29 Nou va genyen yon sèl lwa pou sila ki fè yon bagay ki pa eksprè, pou sila ki natif pami fis Israël yo, e pou sila ki se yon etranje k ap demere pami yo.
NUM 15:30 Men moun ki fè yon bagay avèk rebelyon an, menm si se yon natif, oswa yon etranje, sila ap blasfeme SENYÈ a. Nanm sa va koupe retire de pèp li a.
NUM 15:31 Akoz ke li te meprize pawòl a SENYÈ a, e li te vyole kòmandman Li an, moun sa a va konplètman koupe retire. Koupabilite li va rete sou li.’”
NUM 15:32 Alò, pandan fis Israël yo te nan dezè a, yo te twouve yon nonm ki t ap ranmase bwa nan jou Saba a.
NUM 15:33 Sila ki te twouve li yo nan ranmase bwa a te mennen li vè Moïse avèk Aaron, ak tout asanble a.
NUM 15:34 Konsa, yo te arete li, akoz ke li potko deside kisa pou fè avèk li.
NUM 15:35 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Nonm nan va vrèman vin mete a lanmò. Tout kongregasyon an va lapide li avèk kout wòch deyò kan an.”
NUM 15:36 Konsa, tout kongregasyon an te mennen li deyò kan an, e yo te lapide li jiska lanmò avèk kout wòch, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
NUM 15:37 SENYÈ a te osi pale avèk Moïse e te di:
NUM 15:38 “Pale avèk fis Israël yo e di yo ke yo va fè pou yo menm ponpon sou kwen vètman yo pandan tout jenerasyon yo, e ke yo va mete sou ponpon nan chak kwen an, yon kòd ble.
NUM 15:39 Se va yon ponpon pou nou gade, e pou sonje tout kòmandman SENYÈ yo, pou nou obeyi yo, e pa pwostitiye tèt nou jan noun te konn fè, nan swiv dezi pwòp kè nou ak zye nou,
NUM 15:40 e pou nou sonje pou fè tout kòmandman Mwen yo, e pou rete sen a Bondye nou an.
NUM 15:41 “Mwen menm se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, pou M kab vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”
NUM 16:1 Alò, Koré, fis a Jitsehar, ansanm avèk Dathan ak Abiram, fis a Éliab avèk On, fis a Péleth, fis a Ruben yo, te pran desizyon. Yo te pran moun avèk yo,
NUM 16:2 epi yo te vin soulve devan Moïse. Ansanm avèk kèk nan fis Israël yo, de-san-senkant nan chèf kongregasyon an, mesye ki te byen rekonèt, ki te chwazi pa asanble a,
NUM 16:3 yo te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron. Yo te di yo: “Nou te ale ase lwen, paske tout kongregasyon an sen, yo tout, e SENYÈ a nan mitan yo! Konsa, poukisa nou egzalte tèt nou pi wo pase asanble SENYÈ a?”
NUM 16:4 Lè Moïse te tande sa, li te tonbe sou figi li.
NUM 16:5 Li te pale avèk Koré ak tout konpanyen li yo. Li te di: “Demen maten, SENYÈ a va montre kilès ki apatyen ak Li e kilès ki sen, epi Li va fè moun sa a vin touprè Li. Menm sila ke Li chwazi a, Li va mennen li toupre Li menm.
NUM 16:6 Fè sa: Fè Koré ak tout konpanyen li pran asanswa a pou kont nou.
NUM 16:7 Konsa, mete dife ladann, e poze lansan sou yo nan prezans a SENYÈ a, demen. Moun nan ke SENYÈ a chwazi a, va sila ki sen an. Nou gen tan ale ase lwen, fis a Levi yo!”
NUM 16:8 Moïse te di a Koré: “Tande koulye a fis a Levi yo!
NUM 16:9 Èske li pa sifi pou nou ke Bondye Israël la te separe nou soti nan tout rès kongregasyon Israël la, pou mennen nou touprè a Li menm? Pou fè sèvis tabènak SENYÈ a, e pou vin kanpe devan kongregasyon an pou sèvi yo?
NUM 16:10 E ke li te mennen nou touprè, tout frè ou yo Koré, fis a Levi yo avèk ou? Epi èske w ap chache pozisyon prèt la tou?
NUM 16:11 Pou sa, ou menm avèk tout konpanyen ou yo vin rasanble ansanm kont SENYÈ a! Men pou Aaron, kilès li ye pou nou vin plenyen kont li?”
NUM 16:12 Konsa, Moïse te voye yon lòd bay Dathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, men yo te di: “Nou p ap monte.”
NUM 16:13 Èske sa pa ase ke ou te mennen nou sòti nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl pou fè nou vin mouri nan dezè a, men ou ta, osi, vin chèf sou nou?
NUM 16:14 Vrèman, ou pa t mennen nou nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, ni ou pa t bannou yon eritaj tèren, avèk chan rezen. Èske ou ta pete zye a mesye sa yo? Nou p ap monte?
NUM 16:15 Alò Moïse te vin byen fache. Li te di a SENYÈ a: “Pa aksepte ofrann pa yo! Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.”
NUM 16:16 Moïse te di a Koré: “Ou menm avèk tout konpanyen ou yo, parèt devan SENYÈ a demen; ni ou menm, yo menm ansanm avèk Aaron.
NUM 16:17 Chak nan nou pran veso dife li, mete lansan sou li, e chak nan nou pote veso lansan an devan SENYÈ a, de-san-senkant veso dife; osi ou menm avèk Aaron va chak pote veso dife pa li a.”
NUM 16:18 Konsa, yo chak te pran pwòp veso dife a e te mete dife ladann. Yo te mete lansan sou li, epi yo te kanpe nan pòtay tant asanble a, avèk Moïse ak Aaron.
NUM 16:19 Konsa, Koré te rasanble tout kongregasyon anfas yo a nan pòtay a tant asanble a. Epi glwa a SENYÈ a te vin parèt a tout kongregasyon an.
NUM 16:20 SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron, e te di:
NUM 16:21 “Separe nou nan mitan kongregasyon sila a, pou Mwen kapab manje yo koulye a.”
NUM 16:22 Men yo te tonbe sou figi yo e te di: “O Bondye, Bondye a lespri de tout chè a, èske Ou va an kòlè avèk tout kongregasyon an lè yon sèl moun fè peche?”
NUM 16:23 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 16:24 “Pale avèk kongregasyon an e di: ‘Sòti nan andwa tant Koré yo, Dathan avèk Abiram!’”
NUM 16:25 Alò, Moïse te leve ale vè Dathan ak Abiram, avèk ansyen a Israël ki t ap swiv li yo.
NUM 16:26 Li te pale avèk kongregasyon an. Li te di: “Kite tant a moun mechan sa yo, e pa touche anyen ki pou yo, sinon, nou va vin pote ale ak tout peche yo.”
NUM 16:27 Konsa, yo te soti nan tant a Koré yo, Dathan ak Abiram de tout kote. Dathan ak Abiram te vin kanpe nan pòtay tant pa yo a, ansanm avèk madanm yo, e fis yo, ansanm ak timoun yo.
NUM 16:28 Moïse te di: “Selon sa, nou va konnen ke SENYÈ a te voye mwen pou fè tout zèv sa yo; paske sa se pa nan tèt mwen y ap soti.
NUM 16:29 Si mesye sila yo mouri yon mò natirèl, oswa si yo soufri desten a tout moun nòmal, alò SENYÈ a pa t voye mwen.
NUM 16:30 Men si SENYÈ a fè vin parèt yon bagay tounèf, tè a vin ouvri bouch li pou vale yo nèt avèk tout sa ki pou yo, e yo desann tou vivan kote mò yo ye a, alò, konsa, nou va konprann ke mesye sila yo te meprize SENYÈ a.”
NUM 16:31 Pandan li te fin pale tout pawòl sa yo, tè ki te anba yo a te fann e li te ouvri.
NUM 16:32 Konsa, latè te louvri bouch li e te vale yo nèt avèk moun lakay yo, ak tout mesye ki te apatyen a Koré avèk tout byen yo.
NUM 16:33 Konsa, yo menm avèk tout sa ki te pou yo, te desann vivan nan sejou mò yo. Tè a te vin fèmen sou yo, e yo te peri nan mitan asanble a.
NUM 16:34 Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!”
NUM 16:35 Dife te sòti nan SENYÈ a pou brile de san senkant mesye ki te ofri lansan yo.
NUM 16:36 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
NUM 16:37 “Di a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, ke li va ranmase veso lansan yo nan mitan dife a, paske yo sen. Epi nou va gaye sann dife k ap brile lwen kan an, paske yo sen.
NUM 16:38 Epi menm selon veso lansan a mesye sa yo ki te peche e te peye ak lavi yo, kite yo fin bat yo byen plat pou sèvi yo pou kouvri lotèl la, pwiske yo te prezante yo devan SENYÈ a. Yo sen. Konsa, yo va sèvi kòm yon sign a fis Israël yo.”
NUM 16:39 Éléazar, prèt la, te pran veso lansan ki te fèt an bwonz ke mesye ki te brile yo te ofri, epi yo te bat yo pou fè yo plat pou kouvri lotèl la,
NUM 16:40 kòm yon sonj komemoratif a fis Israël yo pou pèsòn ki pa nan ras Aaron pa ta dwe pwoche pou brile lansan devan SENYÈ a; jis pou li pa devni tankou Koré ak konpanyen li yo—jis jan ke SENYÈ a te pale a li pa Moïse la.
NUM 16:41 Men nan pwochen jou a, tout kongregasyon fis Israël yo te bougonnen kont Moïse avèk Aaron. Yo te di: “Se nou ki touye pèp SENYÈ a.”
NUM 16:42 Lè kongregasyon an te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron, yo te gade vè tant asanble a, e vwala, nwaj la te kouvri li e glwa SENYÈ a te parèt.
NUM 16:43 Alò, Moïse avèk Aaron te vini devan tant asanble a.
NUM 16:44 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
NUM 16:45 “Mete ou lwen kongregasyon sila a, pou Mwen kapab detwi yo kounye a menm.” Yo te tonbe sou figi yo.
NUM 16:46 Moïse te di a Aaron: “Pran veso lansan an, mete dife lotèl la ladann. Mete lansan an sou li e pote li vit bay kongregasyon an pou fè ekspiyasyon pou yo. Paske lakòlè gen tan sòti nan SENYÈ a. Gwo epidemi an kòmanse!”
NUM 16:47 Alò Aaron te pran li jan Moïse te pale a. Li te kouri nan mitan asanble a, paske, gade byen, gwo epidemi an te kòmanse pami pèp la. Konsa li te mete lansan an pou fè ekspiyasyon pou pèp la.
NUM 16:48 Li te kanpe antre mò yo ak moun vivan, e gwo epidemi an te rete.
NUM 16:49 Men sila ki te mouri nan gwo epidemi yo te katòz-mil-sèt-san (14,700), anplis sila ki te mouri akoz Koré yo.
NUM 16:50 Alò, Aaron te retounen vè Moïse nan pòtay tant asanble a, paske gwo epidemi an te vin rete.
NUM 17:1 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
NUM 17:2 “Pale avèk fis Israël yo, e pran yon branch bwa pou chak kay fanmi zansèt yo: douz branch bwa ki sòti nan tout chèf yo selon kay fanmi zansèt yo. Nou va ekri non a chak sou branch pa yo.
NUM 17:3 Ekri non a Aaron sou branch Levi a. Konsa, va gen yon sèl branch pou tèt a chak kay fanmi zansèt yo.
NUM 17:4 Epi nou va depoze yo nan tant asanble a devan lach temwayaj la, kote Mwen rankontre nou an.
NUM 17:5 “Li va vin rive ke branch moun ke Mwen chwazi a, va boujonnen. Konsa, Mwen va fè sispann tout bougonnen fis Israël k ap fèt kont nou menm.”
NUM 17:6 Konsa, Moïse te pale avèk fis Israël yo, e tout chèf yo te bay li yon branch pou chak nan yo; pou chak chèf, selon kay fanmi zansèt yo, douz branch avèk branch Aaron an pami branch yo.
NUM 17:7 Konsa, Moïse te depoze branch yo devan SENYÈ a nan tant asanble a.
NUM 17:8 Alò, nan jou apre a, Moïse te antre nan tant lan; epi vwala, branch Aaron an pou fanmi zansèt Levi a te boujonnen. E li pa t sèlman boujonnen, men li te pwodwi flè, e osi li te pote zanmann mi.
NUM 17:9 Konsa, Moïse te pote deyò tout branch ki te nan prezans a SENYÈ a vè tout fis Israël yo. Yo te gade, e chak mesye te pran pwòp branch pa l.
NUM 17:10 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.”
NUM 17:11 Konsa, Moïse te fè; jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, konsa li te fè.
NUM 17:12 Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri!
NUM 17:13 Tout moun ki pwoche, ki vin pwoche toupre tabènak SENYÈ a, fòk li mouri. Èske nou tout va peri nèt?”
NUM 18:1 Konsa, SENYÈ a te di a Aaron: “Ou menm avèk fis ou yo avèk lakay zansèt ou va pote inikite a pou zafè sanktyè a, e nou menm avèk fis nou yo va pote inikite a kon prèt.
NUM 18:2 Mennen avè w osi frè nou yo, tribi Levi a, tribi papa zansèt ou a, pou yo kapab vin jwenn avèk ou e sèvi ou, pandan ou menm avèk fis ou yo devan tant temwayaj la.
NUM 18:3 Yo va kenbe lòd ou avèk devwa tout asanble a, men yo p ap pwoche veso sanktyè yo avèk lotèl la, pou yo pa mouri; ni yo, ni ou menm.
NUM 18:4 Yo va vin jwenn avèk ou, e fè devwa a tant asanble a pou tout sèvis tant lan. Men yon etranje pa pou pwoche prè nou.
NUM 18:5 “Konsa nou va fè tout devwa a sanktyè a ak devwa a lotèl la, pou pa toujou gen kòlè sou fis Israël yo.
NUM 18:6 Veye byen, se Mwen Menm ki te pran Levit parèy nou yo pami fis Israël yo. Yo se yon don pou nou menm, ki dedye bay SENYÈ a, pou fè sèvis tant asanble a.
NUM 18:7 Men ou menm ak fis ou yo ap ranpli pozisyon prèt pou tout bagsay ki konsène lotèl la, ak andedann vwal la. Ou va fè sèvis yo. Mwen ap bay ou pozisyon prèt kon yon pozisyon donnen. Men okenn lòt moun ki pwoche va mete a lanmò.”
NUM 18:8 Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron: “Gade byen, se Mwen Menm ki te bay ou chaj sou tout ofrann Mwen yo, menm tout don sen a fis Israël yo. Mwen te bay ou yo akoz onksyon an nou resevwa, e a fis ou yo kòm yon dwa ki pou tout tan.
NUM 18:9 Sila a va pou nou, soti nan don pi sen pase tout lòt yo ki rezève soti nan dife a; tout ofrann pa yo, menm tout ofrann pa yo, tout ofrann sereyal, tout ofrann peche ak tout ofrann koupab ke yo rann ban Mwen yo, yo va sen pase tout lòt yo pou nou ak fis nou yo.
NUM 18:10 Kòm don ki sen pase tout lòt yo, nou va manje l. Tout gason va manje li. Li va sen pou nou menm.
NUM 18:11 “Sa osi se pou nou, ofrann a don pa yo, menm tout ofrann balanse vè lotèl a fis Israël yo; Mwen te bannou yo ak fis nou yo ak fi nou yo ki avèk nou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Tout sila lakay nou yo ki pwòp, kapab manje yo.
NUM 18:12 “Tout sa ki pi bon nan lwil fre a, tout sa ki pi bon nan diven fre a ak nan sereyal la, premye fwi a sila ke yo bay a SENYÈ a, Mwen bannou yo.
NUM 18:13 Premye nan fwi mi ki nan peyi yo, ke yo pote bay SENYÈ a, va pou ou. Tout moun lakay ou ki pwòp, kapab manje li.
NUM 18:14 “Tout bagay ki konsakre an Israël va pou ou.
NUM 18:15 Tout premye pòtre nan vant a tout chè, kit se lòm, kit se bèt, ke yo ofri bay SENYÈ a, va pou nou. Men premye ne a lòm nan, nou va anverite peye ranson, e premye ne bèt ki pa pwòp, nou va peye ranson.
NUM 18:16 Epi pou pri ranson an, soti nan laj yon mwa, nou va peye ranson yo, selon pri nou yo, senk sik an ajan, selon sik sanktyè a, ki se ven gera.
NUM 18:17 “Men premye ne a yon bèf oswa yon mouton, oswa premye ne a yon kabrit, ou pa pou peye ranson. Yo sen. Ou va flite san pa yo sou lotèl la, e ou va ofri grès yo nan lafimen kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.
NUM 18:18 Vyann pa yo va pou ou. Li va pou ou tankou pwatrin ak kwis nan yon ofrann balanse anlè.
NUM 18:19 Tout ofrann a don sen yo, ke fis Israël yo ofri bay SENYÈ a, Mwen te bannou yo, avèk fis ou yo ak fi ou yo ki avèk ou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Li se yon kontra disèl devan SENYÈ a avèk ou avèk desandan ou yo avèk ou.”
NUM 18:20 SENYÈ a te di a Aaron: “Ou p ap gen okenn eritaj nan peyi a ni posesyon okenn pati pami yo. Mwen se pati pa ou ak eritaj ou pami fis Israël yo.
NUM 18:21 “A fis Levi yo, gade byen, Mwen te bay tout dim an Israël yo kòm eritaj, anretou pou sèvis yo ke yo fè, sèvis a tant asanble a.
NUM 18:22 Fis a Israël pa pou pwoche tant asanble a ankò; sinon, yo va pote peche e yo va mouri.
NUM 18:23 Sèl Levit yo va fè sèvis tant asanble a. Yo va pote inikite pa yo. Sa va yon règleman pou tout tan atravè jenerasyon nou yo. Pami fis Israël yo, yo p ap gen okenn eritaj.
NUM 18:24 Paske dim a fis Israël yo, ke yo ofri kòm yon ofrann bay SENYÈ a, Mwen te bay a Levit yo kòm eritaj. Konsa, Mwen te di konsènan yo: ‘Yo p ap gen okenn eritaj pami fis Israël yo.’”
NUM 18:25 SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
NUM 18:26 “Anplis, ou va pale avèk Levit yo pou di yo: ‘Lè nou pran soti nan fis Israël yo, dim ke Mwen te bay a nou menm pou eritaj nou, alò nou va prezante yon ofrann ki sòti nan li bay SENYÈ a, yon dim nan dim nan.
NUM 18:27 Ofrann nou va konte pou nou kòm sila ki sòti nan voye anlè glasi a, oswa pwodwi ki nan basen diven an.
NUM 18:28 Konsa, nou va, osi, prezante yon ofrann bay SENYÈ a, ki soti nan dim nou yo, ke nou resevwa de fis Israël yo. Epi soti nan li, nou va bay ofrann SENYÈ a a Aaron, prèt la.
NUM 18:29 Nan tout don nou yo, nou va prezante tout ofrann ke nou dwe bay a SENYÈ a, soti nan tout sa ki pi bon nan yo, pati ki sakre nan yo.’
NUM 18:30 “Ou va di yo: ‘Lè nou ofri meyè pati a, li va kalkile a Levit yo kòm pwodwi a ofrann voye anlè glasi a, oswa pwodwi a basen diven an.
NUM 18:31 Nou gen dwa manje l nenpòt kote, nou menm avèk lakay nou, paske se pèyman nou an echanj pou sèvis nou nan tant asanble a.
NUM 18:32 Nou p ap pote peche akoz li, lè nou fin ofri meyè pati a. Men nou pa pou degrade bagay sakre a fis Israël yo; sinon, nou va mouri.’”
NUM 19:1 Senyè a te pale ak Moïse avèk Aaron e te di:
NUM 19:2 “Sa se règleman lalwa ke SENYÈ a te kòmande a. Li te di: ‘Pale a fis Israël yo pou yo pote ba ou yon gazèl wouj, san defo, sou sila yon jouk pa t janm vin poze.
NUM 19:3 Nou va bay li a Éléazar, prèt la, li va pote li deyò kan an, e touye li nan prezans li.
NUM 19:4 Apre, Éléazar, prèt la, va pran kèk nan san li avèk dwèt li, e flite kèk nan san li an pa devan tant asanble a sèt fwa.
NUM 19:5 Alò, gazèl la va brile devan zye li; po li, chè li avèk san li, avèk poupou li, va brile.
NUM 19:6 Prèt la va pran bwa sèd avèk izòp ak twal wouj, e li va jete li nan mitan gazèl k ap brile a.
NUM 19:7 Epi prèt la va lave vètman li yo, benyen kò li nan dlo, e apre, li va antre nan kan an.
NUM 19:8 Sila ki brile li a, va osi lave kò li nan dlo, apre li va vini nan kan an, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
NUM 19:9 “‘Alò, yon nonm ki pwòp, va ranmase sann gazèl la pou depoze yo deyò kan an nan yon kote ki pwòp. Epi fis Israël yo va konsève li pou sèvi nan dlo pirifikasyon. Li se yon ofrann pou peche.
NUM 19:10 Sila ki ranmase sann gazèl la va lave rad li, e li va rete pa pwòp pou jis rive nan aswè. Li va yon règleman ki pou tout tan pou fis Israël yo ak pou etranje ki rete pami yo a.
NUM 19:11 “‘Sila ki touche kadav a nenpòt moun, va pa pwòp pandan sèt jou.
NUM 19:12 Li dwe pirifye tèt li avèk dlo nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Apre, li va pwòp. Men si li pa pirifye tèt li nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a, li p ap vin pwòp.
NUM 19:13 Nenpòt moun ki touche yon mò, kò a yon moun mouri, e li pa pirifye tèt li, li degrade tabènak a SENYÈ a; epi moun sa va koupe retire de Israël a. Akoz dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, li va vin pa pwòp. Pa pwòp li a rete sou li.
NUM 19:14 “‘Sa se lalwa lè yon nonm mouri nan yon tant: tout moun ki antre nan tant lan ak tout moun ki deja nan tant lan, vin pa pwòp pandan sèt jou.
NUM 19:15 Tout veso ki louvri, ki pa gen kouvèti mare sou li, pa pwòp.
NUM 19:16 “‘Osi, nenpòt moun ki nan chan louvri, e ki touche yon moun ki te touye pa nepe, oswa ki te mouri nenpòt jan, swa yon zo Kretyen oswa yon tonm, li va vin pa pwòp pandan sèt jou.
NUM 19:17 “‘Alò, pou sila ki pa pwòp yo, yo va pran kèk nan sann pirifikasyon peche ki te brile a, e dlo k ap koule va mele avèk yo nan yon veso.
NUM 19:18 Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye a, oswa sa ki te mouri yon lòt jan an, oswa yon tonm.
NUM 19:19 Alò, moun pwòp la va flite sou sila ki pa pwòp la nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Nan setyèm jou a, li dwe pirifye tèt li. Li va lave rad li, benyen nan dlo e li va pwòp nan aswè.
NUM 19:20 Men sila ki pa pwòp la, ki pa pirifye tèt li a, li va koupe retire nan mitan asanble a, akoz li te degrade sanktyè SENYÈ a. Dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, e li pa pwòp.
NUM 19:21 “‘Se konsa sa va yon règleman pou tout tan pou yo. Sila ki flite dlo pirifikasyon an, va osi lave rad li, e sila ki touche dlo pirifikasyon an va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
NUM 19:22 Anplis, nenpòt bagay ke moun pa pwòp la touche, va vin pa pwòp. Moun ki touche li a, va vin pa pwòp jis rive nan aswè.’”
NUM 20:1 Konsa, fis Israël yo, tout kongregasyon an, te vini nan dezè a Tsin nan, nan premye mwa a. Pèp la te rete Kadès. Alò, Marie te mouri e li te antere la.
NUM 20:2 Pa t gen dlo pou kongregasyon an, e yo te vin reyini yo menm kont Moïse avèk Aaron.
NUM 20:3 Konsa, pèp la te fè kont avèk Moïse e te pale pou di: “Si sèlman nou te mouri lè frè nou yo te mouri devan SENYÈ a!
NUM 20:4 Epi poukisa ou te mennen asanble SENYÈ a antre nan dezè sila a, pou nou menm avèk bèt nou yo vin mouri isit la?
NUM 20:5 Poukisa ou te fè nou sòti an Égypte pou mennen nou kote mechan sila a? Se pa yon kote ki gen, ni fig, ni grenad, ni pa gen dlo pou bwè.”
NUM 20:6 Moïse avèk Aaron te sòti nan prezans asanble a nan pòtay tant asanble a, e yo te tonbe sou figi yo. Alò, glwa a SENYÈ a te vin parèt a yo menm.
NUM 20:7 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 20:8 “Pran baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”
NUM 20:9 Konsa, Moïse te pran baton an soti devan SENYÈ a, jis jan ke Li te kòmande li a.
NUM 20:10 Epi Moïse avèk Aaron te reyini asanble a devan wòch la. Li te di yo: “Koute m koulye a, nou menm k ap fè rebèl; èske n ap fè dlo sòti nan wòch sila a?”
NUM 20:11 Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.
NUM 20:12 Men SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: “Akoz ke nou pa kwè M, pou trete m tankou sen devan fis Israël yo; pou sa, nou p ap mennen asanble sila a antre nan peyi ke M te bay yo a.”
NUM 20:13 Sa yo se te dlo a Meriba yo, akoz fis a Israël yo te fè kont avèk SENYÈ a, e Li te fè prèv sentete Li pami yo.
NUM 20:14 Soti nan Kadès, Moïse te voye mesaj vè wa Édom an: “Konsa frè ou a, Israël te pale: ‘Ou konnen tout traka ki gen tan pran nou;
NUM 20:15 ke zansèt nou yo te desann an Égypte, e ke nou te rete an Égypte pandan anpil tan, e ke Ejipsyen yo te maltrete nou anpil.
NUM 20:16 Men lè nou te kriye fò bay SENYÈ a, Li te tande vwa nou. Li te voye yon zanj pou te mennen nou sòti an Égypte. Alò, gade byen, nou rive Kadès, yon vil nan fwontyè tèritwa pa nou an.
NUM 20:17 “Souple, kite nou pase nan peyi pa nou an. Nou p ap pase nan chan yo oswa nan rezen yo. Nou p ap menm bwè dlo nan yon pwi. Nou va ale bò kote chemen wa a, san vire ni adwat, ni agoch jiskaske nou fin pase nan tout tèritwa nou an.”
NUM 20:18 “‘Men Édom te di li: “Ou p ap pase sou nou; sinon, mwen ap vini kont nou avèk nepe.”’”
NUM 20:19 “Ankò, fis Israël yo te di li: ‘Nou va monte vè chemen an, e si Mwen avèk bèt mwen yo bwè nan dlo nou an; alò, m ap peye pri li. Kite mwen sèlman pase ladann a pye, anyen anplis.’”
NUM 20:20 Men li te di: “Ou p ap pase ladann.” Epi Édom te sòti kont li avèk yon gwo fòs ak yon men pwisan.
NUM 20:21 Konsa, Édom te refize kite Israël pase nan tèritwa pa li a. Pou sa Israël te vire kite li.
NUM 20:22 Alò, yo te sòti Kadès, epi fis Israël yo ak tout kongregasyon an te vini nan Mòn Hor.
NUM 20:23 SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron nan Mòn Hor akote fwontyè Édom an. Li te di:
NUM 20:24 “Aaron va rasanble vè pèp li a; paske li pa pou antre nan peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo, akoz nou te vin rebèl kont kòmand Mwen nan dlo a Meriba yo.
NUM 20:25 Pran Aaron avèk fis li a, Éléazar e mennen yo nan Mòn Hor.
NUM 20:26 Retire tout vètman yo sou Aaron e mete yo sou fis li a, Éléazar. Konsa, Aaron va rasanble vè pèp li a, e li va mouri la.”
NUM 20:27 Konsa Moïse te fè selon SENYÈ a te kòmande a. Yo te monte vè Mòn Hor devan zye a tout kongregasyon an.
NUM 20:28 Lè Moïse te fin retire vètman yo sou Aaron, li te mete yo sou Éléazar. Aaron te mouri la sou tèt mòn nan.
NUM 20:29 Lè tout kongregasyon an te wè ke Aaron te mouri, tout lakay Israël te kriye pou Aaron pandan trantjou.
NUM 21:1 Lè Chèf Canaran an, wa Arad la, ki te viv nan Negev la te tande ke Israël t ap vini pa chemen a Atharim nan; alò, li te goumen kont Israël, e li te pran kèk nan yo an kaptif.
NUM 21:2 Konsa, Israël te fè yon ve a SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman livre pèp sa a nan men m; alò, mwen va detwi vil pa yo a nèt.”
NUM 21:3 SENYÈ a te tande vwa Israël. Li te livre yo bay Canaran, epi yo te detwi yo nèt ansanm avèk vil yo. Konsa, kote sa a te vin releHorma.
NUM 21:4 Yo te sòti nan Mòn Hor pa wout Lamè Wouj la, pou travèse peyi Édom an. Epi pèp la te vin pèdi pasyans akoz vwayaj la.
NUM 21:5 Pèp la te pale kont Bondye ak Moïse: “Poukisa ou te mennen nou sòti an Égypte pou mouri nan dezè a? Paske nanpwen manje, ni dlo, e nou rayi move manje sila a.”
NUM 21:6 SENYÈ a te voye sèpan dife pami pèp la. Yo te mòde pèp la, e anpil nan pèp Israël la te mouri.
NUM 21:7 Konsa, pèp la te vini a Moïse e te di: “Nou te peche, pwiske nou te pale kont SENYÈ a ak ou menm. Entèsede pou nou avèk SENYÈ a, pou Li kapab retire sèpan sa yo sou nou.” Epi Moïse te entèsede pou pèp la.
NUM 21:8 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Fè yon sèpan dife e mete li sou yon poto. Konsa, li va vin rive ke tout moun ki mòde, lè li gade li, l ap viv.”
NUM 21:9 Moïse te fè yon sèpan an bwonz e li te mete li sou poto a. Epi li te vin rive ke si yon sèpan te mòde nenpòt moun, lè li te gade vè sèpan an bwonz lan, li te viv.
NUM 21:10 Alò, fis Israël yo te deplase e te fè kan an nan Oboth.
NUM 21:11 Yo te vwayaje soti Oboth pou te fè kan an nan Ijje-Abarim, nan dezè ki anfas Moab a lès la.
NUM 21:12 Soti la, yo te pati pou te fè kan an nan vale Zéred la.
NUM 21:13 Soti la, yo te vwayaje pou te fè kan an sou lòt kote Arnon an, ki se nan dezè ki sòti nan lizyè Amoreyen yo, paske Arnon se te fwontyè Moab, antre Moab ak Amoreyen yo.
NUM 21:14 Konsa, sa di nan Liv Lagè SENYÈ a: “Vaheb nan Supha, avèk ravin sèch nan Arnon an,
NUM 21:15 ak pant ki rive nan ravin sèch yo ki rive jis nan kote Ar la e ki touche nan lizyè Moab la.”
NUM 21:16 Soti la, yo rive jis nan Beer, ki se pwi kote SENYÈ a te di Moïse, reyini pèp la pou Mwen kapab bay yo dlo a.”
NUM 21:17 Epi Israël te chante chan sila a: “Vin bwote o pwi! Chante a li!
NUM 21:18 Pwi a ke prens yo nan pèp la te fouye, Avèk baton wayal ak Baton soutyen pa yo.” Epi soti nan dezè a, yo te kontinye a Matthana,
NUM 21:19 soti Matthana a Nahaliel, soti nan Nahaliel a Bamoth,
NUM 21:20 soti Bamoth nan vale ki nan peyi Moab la, nan pwent lan vè Mòn Pisga ki kanpe anwo tout dezè a.
NUM 21:21 Alò Israël te voye mesaje yo bay Sihon, wa a Amoreyen yo. Li te di:
NUM 21:22 “Kite mwen pase nan peyi ou a. Nou p ap menm vire nan chan, oswa nan rezen yo. Nou p ap bwè dlo nan pwi yo. Nou va ale nan chemen Wa a jiskaske nou fin depase limit fwontyè pa w la.”
NUM 21:23 Men Sihon pa t kite Israël pase nan fwontyè pa li a. Konsa, Sihon te ranmase tout pèp li a pou te sòti kont Israël nan dezè a. Yo te rive a Jahats pou te goumen kont Israël.
NUM 21:24 Konsa,Israël te frape li avèk tranch nepe, e te pran posesyon peyi li a soti Arnon pou jis rive Jabbok, soti distans a fis Ammon yo; paske nan fwontyè a fis Ammon yo, se te Jazer.
NUM 21:25 Israël te pran tout vil yo e Israël te viv nan tout vil Amoreyen yo, nan Hesbon ak nan tout vil li yo.
NUM 21:26 Paske Hesbon, se te vil a Sihon, wa a Amoreyen yo, ki te goumen kont ansyen wa Moab la, e li te retire tout peyi li a nan men li, jis rive nan Arnon.
NUM 21:27 Se pou sa ke sila ki sèvi ak pwovèb yo di: “Vini Hesbon! Kite li bati! Konsa kite vil a Sihon an fin etabli.
NUM 21:28 Paske yon dife te sòti nan Hesbon, Yon flanm soti nan vil a Sihon; Li te devore Ar nan Moab, Pwent wo yo domine Arnon
NUM 21:29 Malè a nou menm, O Moab! Nou gen tan fin gate nèt, O pèp Kemosch la! Li te bay fis li yo kòm sila k ap sove ale, Epi fi li yo kòm kaptif, pou yon wa Amoreyen, Sihon.
NUM 21:30 Nou te tire sou yo. Hesbon fin gate jis rive Dibon. Konsa, nou te fin piyaje jis rive Nophach, Ki rive nèt nan Médaba.”
NUM 21:31 Pou sa a, Israël te viv nan peyi Amoreyen yo.
NUM 21:32 Moïse te voye espyone Jaezer. Yo te kaptire vil li yo e te piyaje Amoreyen ki te la yo.
NUM 21:33 Epi yo te vire monte nan wout Basan, e Og, wa Basan an, te sòti avèk tout pèp li a pou fè bati Édréï.
NUM 21:34 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Pa pè li, paske Mwen te bay li nan men nou, tout pèp li a ak tout peyi li a. Ou va fè avèk li jan ou te fè Sihon, wa Amoreyen, ki te viv Hesbon yo.”
NUM 21:35 Konsa, yo te touye li avèk fis li yo ak tout pèp li a, jis pa t menm gen yon retay ki te rete de li. Konsa, yo te posede peyi li a.
NUM 22:1 Fis a Israël yo te vwayaje pou te fè kan an nan plèn Moab yo, fin kite Jourdain an, anfas Jéricho.
NUM 22:2 Alò Balak, fis Tsippor te wè tout sa ke Israël te fè a Amoreyen yo.
NUM 22:3 Konsa, Moab te nan gran perèz akoz pèp la, pwiske yo te anpil; Moab te sezi avèk gwo laperèz akoz fis Israël yo.
NUM 22:4 Moab te di a ansyen yo a Madian: “Alò, bann moun sa yo va devore tout sa ki antoure nou, jan yon bèf devore zèb nan chan.” Balak, fis a Tsippor a te wa Moab nan tan sa a.
NUM 22:5 Konsa, li te voye yon mesaje vè Balaam, fis a Beor a nan Pethor, ki toupre Rivyè a, nan peyi a fis pèp li a. Li te di: “Gade byen, yon pèp te sòti an Égypte. Gade byen, yo kouvri sifas peyi a, e y ap viv anfas mwen.
NUM 22:6 Alò, pou sa, silvouplè, vin mete yon madichon sou pèp sa a pou mwen; paske, yo twò pwisan pou mwen. Petèt mwen kapab fin bat yo, e pouse yo ale deyò peyi a. Paske mwen konnen ke sila ke ou beni an, beni, e sila ke ou modi a, modi.”
NUM 22:7 Konsa, ansyen a Moab yo avèk ansyen a Madian yo te pati avèk frè pou peye divinasyon nan men yo. Yo te vin kote Balaam pou te repete pawòl a Balak yo pou li.
NUM 22:8 Li te di yo: “Pase nwit lan isit la, e mwen va pote yon pawòl bannou jan SENYÈ a kab petèt pale avè m.” Epi dirijan Moab yo te rete avèk Balaam.
NUM 22:9 Epi Bondye te vini a Balaam, e Li te di: “Ki moun sa yo ye ki avèk ou la a?”
NUM 22:10 Balaam te di a Bondye: “Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la te voye yon pawòl ban mwen.
NUM 22:11 ‘Gade byen, gen yon pèp ki sòti an Égypte, yo kouvri sifas peyi a. Alò, vin modi yo pou mwen. Petèt mwen kapab goumen kont yo, e pouse yo deyò.’”
NUM 22:12 Bondye te di a Balaam: “Pa ale avèk yo. Ou p ap modi pèp la, paske yo beni.”
NUM 22:13 Konsa, Balaam te leve nan maten e li te di a chèf Balak yo: “Ale retounen nan peyi nou, paske SENYÈ a refize kite mwen ale avèk nou.”
NUM 22:14 Chèf a Moab yo te leve. Yo te ale kote Balak e te di: “Balaam refize vini avèk nou.”
NUM 22:15 Alò, Balak te voye chèf yo ankò, plis an kantite e pi gran pase lòt yo.
NUM 22:16 Yo te vini a Balaam e te di li: “Konsa pale Balak, fis a Tsippor a: ‘Pa kite anyen, mwen mande ou souple, anpeche ou vini kote mwen;
NUM 22:17 paske vrèman, mwen va onore ou anpil. Mwen va fè nenpòt sa ou mande mwen. Alò, souple, vin modi pèp sa a pou mwen.’”
NUM 22:18 Balaam te reponn a sèvitè a Balak yo, “Malgre Balak ta ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, mwen pa ta kapab fè anyen, ni piti ni gran, ki kontrè kòmand SENYÈ a, Bondye mwen an.
NUM 22:19 Alò, silvouplè, rete isit la aswè a pou m ka twouve ki lòt bagay SENYÈ a va pale mwen.”
NUM 22:20 Bondye te vin kote Balaam nan aswè. Li te di li: “Si mesye sa yo ta vin rele ou, leve ale avèk yo; men se sèlman pawòl ke M pale avèk ou a ke ou va fè.”
NUM 22:21 Konsa, Balaam te leve nan maten. Li te mete yon sèl sou bourik li pou te ale avèk chèf Moab yo.
NUM 22:22 Men Bondye te fache akoz li t ap ale a. Konsa, zanj SENYÈ a te vin kanpe nan chemen an kòm yon advèsè kont li. Alò, li te monte sou bourik li, e de sèvitè li yo te avèk li.
NUM 22:23 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe li parèt nan men l, bourik la te kite chemen an pou te antre nan chan an. Men Balaam te frape bourik la pou fè l retounen nan chemen an.
NUM 22:24 Alò, zanj SENYÈ a te kanpe nan yon wout etwat nan chan rezen yo, avèk yon miray sou yon bò, e yon miray sou lòt bò a.
NUM 22:25 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te peze kò l kont mi an, e li te peze pye Balaam kont lòt mi an. Konsa, Balaam te frape li ankò.
NUM 22:26 Zanj SENYÈ a te ale pi lwen. Li te kanpe nan yon kote etwat kote pa t gen mwayen pou vire ni adwat, ni agoch.
NUM 22:27 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te kouche anba Balaam. Pou sa, Balaam te fache e li te frape bourik la avèk baton li.
NUM 22:28 Konsa, SENYÈ a te ouvri bouch a femèl bourik la, e li te di a Balaam: “Kisa m te fè ou, pou ou bat mwen twa fwa sa yo?”
NUM 22:29 Alò, Balaam te di a bourik la: “Akoz ou te pase m nan rizib! Si m te gen yon nepe nan men m, Mwen ta gen tan touye ou deja.”
NUM 22:30 Bourik la te di Balaam: “Èske mwen pa bourik ou, sou sila ou te monte pandan tout vi ou jis rive Jodi a? Èske Mwen janm te konn abitye fè ou sa?” Epi li te reponn: “Non”.
NUM 22:31 Alò, SENYÈ a te ouvri zye a Balaam. Konsa, li te wè zanj a SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe a rale nan men li. Balaam te bese jiska tè.
NUM 22:32 Zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou te frape bourik ou a twa fwa sa yo? Gade byen, Mwen te parèt kòm yon advèsè, akoz direksyon pa w la te kont Mwen.
NUM 22:33 Men bourik la te wè M, e li te vire akote pou evite Mwen twa fwa sa yo. Si li pa t vire akote Mwen, Mwen ta, vrèman, gen tan touye ou nan moman sa a, e kite li menm viv.”
NUM 22:34 Balaam te di a zanj SENYÈ a: “Mwen te peche, paske mwen pa t konnen ke ou te kanpe nan chemen an kont mwen. Alò, koulye a, si sa pa fè ou plezi, mwen va vire retounen.”
NUM 22:35 Men zanj SENYÈ a te di a Balaam: “Ale avèk mesye sa yo, men ou va pale, sèlman, pawòl ke Mwen di ou yo.” Konsa Balaam te ale avèk chèf Balak yo.
NUM 22:36 Lè Balak te tande ke Balaam t ap vini, li te sòti pou rankontre li nan vil Moab la, ki nan fwontyè Arnon an, nan dènye pwent lizyè a.
NUM 22:37 Epi Balak te di a Balaam: “Èske mwen pa t voye kote ou an ijans? Poukisa ou pa t vin kote mwen? Èske, vrèman, mwen pa kapab onore ou?”
NUM 22:38 Konsa, Balaam te di a Balak: “Gade byen, Mwen gen tan vini koulye a! Èske mwen kapab pale yon bagay menm? Pawòl ke Bondye mete nan bouch mwen an, se sa ke mwen va pale.”
NUM 22:39 Epi Balaam te sòti avèk Balak e yo te vini Kirjath-Hutsoth,
NUM 22:40 Balak te fè sakrifis bèf avèk mouton, e li te voye kèk bay Balaam avèk chèf ki te avèk li yo.
NUM 22:41 Epi li te rive nan maten ke Balak te pran Balaam pou te mennen li monte nan wo plas a Baal yo. E li te wè depi la, yon pati nan pèp Israël yo.
NUM 23:1 Alò, Balaam te di a Balak: “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo pou mwen isit la.”
NUM 23:2 Balak te fè ojis sa ke Balaam te pale a. Balak avèk Balaam te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
NUM 23:3 Balaam te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile pa w la, e mwen va ale. Petèt SENYÈ a va vin rankontre m, e nenpòt sa ke Li montre mwen, mwen va di ou li.” Konsa, li te ale kote yon ti mòn ki pa t gen anyen sou li.
NUM 23:4 Bondye te rankontre Balaam, e li te di Li: “Mwen te ranje sèt lotèl yo, e mwen te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.”
NUM 23:5 Konsa, SENYÈ a te mete yon pawòl nan bouch Balaam. Li te di: “Retounen kote Balak. Ou va pale konsa.”
NUM 23:6 Konsa, li te retounen kote li. E gade byen, Balak te kanpe bò kote ofrann brile li a; li menm avèk tout chèf Moab yo.
NUM 23:7 Balaam te pran diskou li, e te di: “Depi nan Aram, Balak te mennen m, wa Moab ki soti nan mòn Lès yo. ‘Vin modi Jacob pou mwen. Vin denonse Israël!’
NUM 23:8 Kijan mwen kapab modi, lè Bondye pa t modi? Epi kijan mwen kapab denonse sila ke SENYÈ a pa t denonse?
NUM 23:9 “Jan mwen konn wè li soti anwo nan pwent wòch yo, e mwen gade li depi sou kolin yo. Gade byen, yon pèp ki rete apa, ki p ap kab konte pami nasyon yo.
NUM 23:10 Kilès ki kab konte pousyè a Jacob, oswa konte menm yon ka an Israël? Kite mwen mouri lanmò a jis yo, pou lafen pa mwen an tankou pa li.”
NUM 23:11 Konsa, Balak te di a Balaam: “Kisa ou te fè m konsa? Mwen te pran ou pou modi lènmi mwen yo, e gade byen, ou te vrèman beni yo!”
NUM 23:12 Li te reponn: “Èske mwen pa oblije fè atansyon pou pale sa ke SENYÈ a mete nan bouch mwen?”
NUM 23:13 Alò Balak te di li: “Souple, vin avèk mwen nan yon lòt kote pou ou ka wè yo. Malgre w ap wè sèlman ti bout a dènye pwent lan, e ou p ap wè tout a yo. Modi yo pou mwen depi la.”
NUM 23:14 Konsa, li te pran li rive nan chan Tsophim nan, nan pwent Mòn Pigsa a. Li te bati sèt lotèl e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
NUM 23:15 Konsa, li te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile ou a, pandan mwen menm, mwen ap rankontre SENYÈ a soti lòtbò.”
NUM 23:16 Alò, SENYÈ a te rankontre Balaam e Li te mete yon pawòl nan bouch li. Li te di li: “Retounen jwenn Balak, e konsa ou va pale.”
NUM 23:17 Li te vin kote li, e gade byen, li te kanpe bò kote ofrann brile pa li a, epi chèf Moab yo te avèk li. Konsa, Balak te di li: “Kisa SENYÈ a te pale a?”
NUM 23:18 Alò, li te pran diskou li. Li te di: “Leve ou menm, O Balak, pou tande! Ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor!
NUM 23:19 Bondye se pa yon nonm ke li ye pou L ta bay manti, ni fis a yon nonm pou L ta repanti. Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?
NUM 23:20 Gade byen, mwen te resevwa lòd pou beni. Lè se Li menm ki beni, alò, mwen p ap kab revoke sa.
NUM 23:21 Li pa t wè malè nan Jacob, ni Li pa t wè twoub nan Israël. SENYÈ a, Bondye li a avè l, epi gran vwa a yon wa pami yo.
NUM 23:22 Bondye mennen yo sòti an Égypte. Li pou yo tankou kòn sou bèf mawon.
NUM 23:23 Paske, nanpwen wanga kont Jacob, ni pa gen divinasyon kont Israël. Nan tan etabli a, li va pale a Jacob, e a Israël de sa Bondye te fè a!
NUM 23:24 Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon, tankou yon lyon li leve li menm. Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan, pou l bwè san a sila li touye a.”
NUM 23:25 Alò, Balak te pale a Balaam: “Pa modi yo ditou, ni pa beni yo ditou!”
NUM 23:26 Men Balaam te reponn a Balak: “Èske mwen pa t di ou, ‘Nenpòt sa ke SENYÈ a pale, se sa mwen oblije fè’?”
NUM 23:27 Alò Balak te di a Balaam: “Souple, vini; mwen va mennen ou yon lòt kote. Petèt li va agreyab a Bondye pou ou modi yo depi kote sa a.”
NUM 23:28 Konsa, Balak te pran Balaam vè tèt mòn Peor ki domine tout dezè a.
NUM 23:29 Balaam te di a Balak, “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo ak sèt belye pou mwen isit la.”
NUM 23:30 Balak te fè jan ke Balaam te di a, e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
NUM 24:1 Lè Balaam te wè ke sa te fè SENYÈ a plezi pou beni Israël, li pa t ale tankou lòt fwa yo pou chache wanga, men li te fikse figi li vè dezè a.
NUM 24:2 Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi Lespri Bondye te vini sou li.
NUM 24:3 Li te reprann diskou li e te di: “Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a, Pòt pawòl a nonm ki gen zye louvri a;
NUM 24:4 Pòt pawòl a sila ki koute pawòl a Bondye yo, ki wè vizyon Toupwisan an, ki t ap tonbe, men zye li gen tan vin debouche.
NUM 24:5 Ala tant nou yo bèl, O Jacob, ak abitasyon nou yo, O Israël!
NUM 24:6 Tankou vale ki vin ouvri byen laj, tankou jaden ki bò kote rivyè yo, tankou plan lalwa ki plante pa SENYÈ a, tankou bwa sèd ki bò kote dlo yo.
NUM 24:7 Dlo yo va koule nan bokit li yo, e jèm desandan li yo va bò kote anpil dlo. Wa li a va pi wo pase Agag, e wayòm li a va vin egzalte.
NUM 24:8 Bondye mennen l sòti an Égypte. Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon. Li va devore nasyon ki advèsè li yo. Li va kraze zo yo an mòso, Li va kraze yo avèk flèch li yo.
NUM 24:9 Li koube ba, li kouche tankou yon lyon; tankou yon manman lyon. Se kilès ki kab tante deranje l? Beni se tout moun ki beni ou, e modi se tout moun ki modi ou.”
NUM 24:10 Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam. Li frape men l ansanm; epi li te di a Balaam: “Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo!
NUM 24:11 Pou sa, kouri ale nan plas ou koulye a. Mwen te di ke mwen ta onore ou anpil, men gade byen, SENYÈ a te anpeche ou resevwa onè a.”
NUM 24:12 Balaam te di a Balak: “Èske mwen pa t di mesaje ke ou te voye kote mwen yo:
NUM 24:13 ke menm si Balak te ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, ke m pa t kab fè anyen kontrè ak lòd SENYÈ a, kit bon kit mal nan pwòp volonte pa m. Sa ke SENYÈ a pale a, se sa mwen va pale?
NUM 24:14 Epi koulye a, veye byen, mwen ap prale kote pèp mwen an. Vini, mwen va bay ou konsèy sou sa ke pèp sa a va fè a pèp pa ou a nan jou k ap vini yo.”
NUM 24:15 Li te reprann diskou li e te di: “Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a, e pòt pawòl a nonm avèk zye louvri a di,
NUM 24:16 Li di ki tande pawòl Bondye yo, ki gen konesans a Trè Wo a, ki wè vizyon a Toupwisan an, k ap tonbe, men ak zye li ki gen tan fin ouvri.
NUM 24:17 Mwen wè li, men pa koulye a. Mwen gade l, men pa toupre. Yon zetwal va sòti nan Jacob. Yon baton a wa va leve sòti an Israël. Li va kraze travèse fwon Moab la, e li va dechire tout fis a Seth yo.
NUM 24:18 Édom va yon posesyon pou li. Séir, lènmi li, osi, va yon posesyon pou li, pandan Israël ap aji avèk gwo kouraj.
NUM 24:19 Youn ki soti nan Jacob va gen tout pouvwa, li va detwi retay lavil la.”
NUM 24:20 Li te gade Amalec. Li te reprann diskou li e li te di: “Amalec se te premye nan nasyon yo, men lafen li pi lwen se destriksyon.”
NUM 24:21 Epi li te gade Kenizyen an, li te reprann diskou li e li te di: “Kote ou rete a, gen andirans. Nich kote ou chita nan falèz la.
NUM 24:22 Malgre, Cain va gate nèt, jis lè Asiryen yo pote nou ale an kaptif?”
NUM 24:23 Epi li te vin reprann diskou li. Li te di: “Ay, kilès ki ka viv lè Bondye fè sa a?
NUM 24:24 Men gwo bato yo va sòti nan kòt Kittim. Yo va pini Asiryen yo, yo va aflije Éber. Men li menm tou va vin detwi.”
NUM 24:25 Konsa, Balaam te leve e te pati pou retounen nan plas li, e Balak osi te al fè wout li.
NUM 25:1 Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo.
NUM 25:2 Paske yo te envite pèp la pou vini nan sakrifis dye pa yo. Pèp la te manje, e te bese devan dye yo a.
NUM 25:3 Konsa, Israël te vin jwenn yo menm avèk Baal Peor, e SENYÈ a te vin fache kont Israël.
NUM 25:4 SENYÈ a te di a Moïse: “Pran tout chèf a pèp la e touye yo gwo lajounen devan SENYÈ a, pou gran kòlè a SENYÈ a kapab vire kite Israël.”
NUM 25:5 Konsa, Moïse te di a jij Israël yo: “Chak nan nou va touye pwòp mesye pa li ki te jwenn yo menm avèk Baal Peor la.”
NUM 25:6 Alò, vwala, youn nan fis Israël yo te vini pou te mennen bay a fanmi li yo yon fanm Madyanit, devan zye Moïse e devan zye a tout kongregasyon fis Israël yo, pandan yo tout t ap kriye devan pòtay tant asanble a.
NUM 25:7 Lè Phinées, fis Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te wè sa, li te leve nan mitan kongregasyon an. Li te pran yon frenn nan men l,
NUM 25:8 epi li te ale dèyè Izrayelit la nan tant lan e li te frennen tranche kò yo toulède nèt, mesye Israël la ak fanm nan. Konsa gwo epidemi sou fis Israël yo te vin sispann.
NUM 25:9 Sila ki te mouri yo akoz gwo epidemi an se te venn-kat-mil (24,000).
NUM 25:10 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
NUM 25:11 “Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo nan jalouzi pa Mwen an.
NUM 25:12 “Pou sa pale: ‘Gade byen, Mwen bay li akò lapè Mwen.
NUM 25:13 Li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a, e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’”
NUM 25:14 Alò, non a Izrayelit ki te touye avèk fanm Madyanit la se te Zimri, fis Salu, yon chèf kay pami Simeyonit yo.
NUM 25:15 Non a fanm Madyanit ki te touye a se te Cozbi, fi a Zur, ki te chèf kay zansèt a yon pèp nan Madian.
NUM 25:16 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 25:17 “Se pou ou vin mechan avèk Madyanit yo, e frape yo;
NUM 25:18 paske yo te mechan avèk nou avèk riz pa yo, avèk sila, yo twonpe nou nan zafè Peor la ak nan zafè Cozbi a, fi a chèf Madian an, sè ki te touye nan jou gwo epidemi an pou koz a Peor a.”
NUM 26:1 Konsa, li te vin rive apre gwo epidemi an ke SENYÈ a te pale avèk Moïse e avèk Éléazar, fis Aaron an, prèt la. Li te di:
NUM 26:2 “Fè yon kontwòl sou tout kongregasyon a fis Israël la soti nan laj ventan oswa plis, pou lakay zansèt a papa yo, nenpòt moun ki kapab sòti pou fè lagè an Israël.
NUM 26:3 Se konsa ke Moïse avèk Éléazar te pale avèk yo nan plèn Moab la, akote Jourdain an, anfas Jéricho. Di yo:
NUM 26:4 Fè yon kontwòl a pèp la soti nan laj a ventan oswa plis, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.”
NUM 26:5 Ruben, premye ne an Israël la, fis a Ruben yo: a Hénoc, fanmi a Enokit yo; a Pallu, fanmi a Paliyit yo;
NUM 26:6 a Hetsron, fanmi a Estwonit yo; a Carmi, fanmi a Kamit yo.
NUM 26:7 Sila yo se fanmi a Ribenit yo: sila ki te konte nan yo a se te karann-twa-mil-sèt-san-trant (43,730).
NUM 26:8 Fis a Pallu yo: Éliab.
NUM 26:9 Fis a Éliab yo: Nemeul, Dathan ak Abiram. Sila yo se te Dathan avèk Abiram ki te rele pa kongregasyon an, ki te kont Moïse ak Aaron nan konpanyen Koré yo lè yo te kont SENYÈ a,
NUM 26:10 epi tè a te vin ouvri bouch li e te vale yo ansanm avèk Koré, lè konpanyen sa yo te vin mouri, lè dife a te devore de-san-senkant (250) mesye. Konsa, yo te devni yon egzanp.
NUM 26:11 Sepandan, fis a Koré yo pa t mouri.
NUM 26:12 Fis a Siméon yo selon fanmi pa yo: a Nemeul, fanmi Nemilit yo, a Jamin, fanmi a Jaminit yo; a Jakin, fanmi a Jakinit yo;
NUM 26:13 a Zérach, fanmi a Zerakit yo; a Saül, fanmi a Saoulit yo.
NUM 26:14 Sila yo se fanmi a Simeyonit yo, venn-de-mil-de-san (22,200).
NUM 26:15 Fis a Gad selon fanmi pa yo: a Tsephon, fanmi a Sefonit yo; a Haggi, fanmi a Agit yo; a Schuni, fanmi a Chounit yo;
NUM 26:16 a Ozni, fanmi a Oznit yo; a Éri, fanmi a Erit yo;
NUM 26:17 a Arod, fanmi a Awodit yo; a Areéli, fanmi a Areyelit yo.
NUM 26:18 Sila yo se fanmi a fis a Gad yo selon sila ki te konte nan yo, te karant-mil-senk-san (40,500).
NUM 26:19 Fis a Juda yo te Er avèk Onan, men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaran.
NUM 26:20 Fis a Juda yo selon fanmi pa yo te: Schéla, fanmi a Chelanit yo; a Peret, fanmi a Peretit yo; a Zérach, fanmi a Zerakit yo.
NUM 26:21 Fis a Peret yo te: a Hetsron, fanmi a Etswonit yo; a Hamul, fanmi a Amilit yo.
NUM 26:22 Sila yo se fanmi a Juda selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-sèz-mil-senk-san (76,500).
NUM 26:23 Fis a Issacar yo selon fanmi pa yo: a Thola, fanmi a Tolatit yo; a Puva, fanmi a Pivit yo;
NUM 26:24 a Jaschub, fanmi a Jachoubit yo; a Shimron, fanmi a Chimwonit yo.
NUM 26:25 Sila yo se fanmi a Issacar, selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-kat-mil-twa-san (64,300).
NUM 26:26 Fis a Zabulon yo selon fanmi pa yo: a Séred, fanmi a Seredit yo; a Élon, fanmi a Elonit yo; a Jaheel, fanmi a Jayelit yo.
NUM 26:27 Sila yo se fanmi a Zabilonit yo selon sila yo ki te konte nan yo, se te swasant-mil-senk-san (60,500).
NUM 26:28 Fis a Joseph yo selon fanmi pa yo: Manassé ak Ephraïm.
NUM 26:29 Fis a Manassé yo: a Makir, fanmi a Makirit yo; epi Makir te devni papa a Galaad; a fanmi Galaadit yo;
NUM 26:30 Sila yo se fis a Galaad yo: a Jézer, fanmi a Jezerit yo; a Hélek, fanmi a Helekit yo,
NUM 26:31 epi a Asriel, fanmi a Asriyelit yo; epi Sichem, fanmi a Sichemit yo;
NUM 26:32 epi a Schemida, fanmi a Schemidayit yo; epi a Hépher, fanmi a Eferit yo.
NUM 26:33 Alò, Tselophchad, fis a Hépher a, pa t gen fis, men sèlman fi; epi non a fi a Tselophchad yo se te Machla, Noa, Hogla, Milca, ak Thirtsa.
NUM 26:34 Sila yo se fanmi a Manassé yo; epi sila ki te konte nan yo, se te senkann-de-mil-sèt-san (52,700).
NUM 26:35 Sila yo se fis a Ephraïm yo selon fanmi pa yo: a Schutélach, fanmi a Chutelachit yo; a Béker, fanmi a Bekerit yo; a Thachan, fanmi a Tachanit yo.
NUM 26:36 Sila yo se fis a Schutélach yo: a Éran fanmi a Eranit yo.
NUM 26:37 Sila yo se fanmi a fis a Ephraïm yo selon sila ki konte nan yo, se te trann-de-mil-senk-san (32,500). Sila yo se fis a Joseph yo selon fanmi pa yo.
NUM 26:38 Fis a Benjamin yo selon fanmi pa yo: a Béla, fanmi a Belit yo; a Aschbel, fanmi a Achbelit yo; a Achiram, fanmi a Achiramit yo;
NUM 26:39 a Schupham, fanmi a Choufamit yo; a Hupham, fanmi a Oufamit yo.
NUM 26:40 Fis a Béla yo se te: Ard ak Naaman: nan Ard, fanmi a Adit yo; nan Naaman, fanmi a Naamanit yo.
NUM 26:41 Sila yo se fis a Benjamin selon fanmi pa yo; epi sila ki te konte nan yo, se te karann-senk-mil-sis-san (45,600).
NUM 26:42 Sila yo se fis a Dan yo selon fanmi pa yo: a Schucham, fanmi a Chouchamit yo. Sila yo se fanmi a Dan selon fanmi pa yo.
NUM 26:43 Tout fanmi a Chouchamit yo selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-kat-mil-kat-san (64,400).
NUM 26:44 Fis a Aser yo, selon fanmi pa yo: a Jimna, fanmi a Jimnit yo; a Jischvi, fanmi a Jischvit yo; a Beria, fanmi a Berit yo.
NUM 26:45 A fis a Beria yo: Héber, fanmi a Eberit yo; a Malkiel, fanmi a Malkyelit yo.
NUM 26:46 Fi a Aser a te rele Sérach.
NUM 26:47 Sila yo se fanmi a fis Aser yo selon sila ki te konte nan yo, se te senkant-twa-mil-kat-san (53,400).
NUM 26:48 Fis a Nephtali yo, selon fanmi pa yo: a Jahtséel, fanmi a Jatseyelit yo; a Guni, fanmi a Gounit yo;
NUM 26:49 A Jetser, fanmi a Jetsrit yo; a Schillem, fanmi a Chilemit yo.
NUM 26:50 Sila yo se fanmi a Nephtali yo selon fanmi pa yo, epi sila ki te konte avèk yo, se te karann-senk-mil-kat-san (45,400).
NUM 26:51 Sila yo se sa yo ki te konte nan fis Israël yo, sis-san-en-mil-sèt-san-trant (601,730).
NUM 26:52 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
NUM 26:53 Pami sila yo, peyi a va divize kòm yon eritaj selon fòs kantite pèp la.
NUM 26:54 Nan sila ki pi gran yo, ou va ogmante eritaj pa yo, e nan pi piti yo, ou va diminye eritaj yo. Chak va bay eritaj yo selon sila ki te konte nan yo.
NUM 26:55 Men peyi a va divize pa tiraj osò. Yo va resevwa eritaj yo selon fòs kantite ki te konte pami yo.
NUM 26:56 Selon tiraj osò a, eritaj pa yo a va divize antre sila ki pi gran ak sila ki pi piti yo.
NUM 26:57 Sila yo se sa yo ki te konte pami Levit yo selon fanmi pa yo: a Guerschon, vin desann fanmi a Gèchonit yo; a Kehath, fanmi a Keyatit yo; a Merari, fanmi a Merarit yo.
NUM 26:58 Sila yo se fanmi a Levi yo: fanmi a Libnit yo, fanmi a Ebwonit yo, fanmi a Machlit yo, fanmi a Mouchit yo, fanmi a Korit yo. Kehath te devni papa a Amram.
NUM 26:59 Non a madanm Amram nan se te Jokébed, fi pou Levi a, ki te ne a Levi an Égypte; epi li te fè pou Amram: Aaron avèk Moïse avèk sè yo, Marie.
NUM 26:60 Pou Aaron te ne Nadab avèk Abihu, Éléazar ak Ithamar.
NUM 26:61 Men Nadab avèk Abihu te mouri lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a.
NUM 26:62 Sila ki te konte nan yo te venn-twa-mil (23,000), tout gason soti nan yon mwa oswa plis, paske yo pa t konte pami fis a Israël yo akoz pa t gen eritaj ki te bay a yo menm pami fis Israël yo.
NUM 26:63 Sila yo se sa ki te konte pa Moïse avèk Éléazar, prèt la, ki te konte fis a Israël yo, nan plèn a Moab bò kote Jourdain an, nan Jéricho.
NUM 26:64 Men pami sila yo, pa t gen yon mesye nan sa yo ki te konte pa Moïse avèk Aaron, prèt la, ki te konte fis a Israël yo nan dezè a Sinaï a.
NUM 26:65 Paske, SENYÈ a te di a yo menm: “Yo va, anverite, mouri nan dezè a.” Epi pa menm youn nan yo te rete, sof ke Caleb, fis a Jephaunné a avèk Josué, fis a Nun nan.
NUM 27:1 Alò fis Tselophchad yo, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, nan fanmi a Manassé, fis a Joseph la, te vin rapwoche; epi sila yo se non a fi li yo: Machia, Noe, Hogla, Milca, ak Thirtsa,
NUM 27:2 Yo te kanpe devan Moïse ak Éléazar, prèt la, ak devan chèf a tout kongregasyon yo, nan pòtay a tant asanble a, e te di:
NUM 27:3 “Papa nou te mouri nan dezè a. Malgre sa, li pa t pami konpanyen a sila ki te rasanble yo menm kont SENYÈ a nan konpanyen a Koré yo, men li te mouri nan pwòp peche pa li. E li pa t gen fis.
NUM 27:4 Poukisa non a papa nou ta dwe retire soti nan fanmi li akoz ke li pa t gen fis? Bannou yon posesyon pami frè a papa nou yo.”
NUM 27:5 Alò, Moïse te mennen ka yo devan SENYÈ a.
NUM 27:6 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 27:7 “Fi a Tselophchad yo gen rezon nan sa yo di a. Ou va, vrèman, ba yo yon posesyon eritaj pami frè a papa yo, e ou va transfere eritaj a papa yo a ba yo menm.
NUM 27:8 “Anplis, ou va pale avèk fis Israël yo e di: ‘Si yon nonm mouri e li pa t gen fis, ou va transfere eritaj li a bay fi li.
NUM 27:9 Si li pa gen fi, alò, ou va bay eritaj li a a frè li yo.
NUM 27:10 Si li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a frè papa li yo.
NUM 27:11 Si papa li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a fanmi ki pi prè nan pwòp fanmi li. Li va posede li. Konsa, sa va yon règleman nèt pou fis Israël yo jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.’”
NUM 27:12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Monte nan mòn Abarim nan, pou wè peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo.
NUM 27:13 Lè ou fin wè li, ou va vin rasanble vè zansèt ou yo, jan sa te rive avèk frè ou a, Aaron.
NUM 27:14 Paske, nan dezè Tsin nan, pandan asanble a t ap fè kont, ou te fè rebèl kont lòd Mwen pou trete Mwen tankou sen devan zye yo kote dlo a.” (Sila yo se dlo a Meriba yo nan Kadés nan dezè a Tsin nan.)
NUM 27:15 “Alò, Moïse te pale avèk SENYÈ a. Li te di:
NUM 27:16 Ke SENYÈ a, Bondye a lespri tout chè yo, ta chwazi yon mesye sou kongregasyon an,
NUM 27:17 ki va sòti e antre devan yo, ki va mennen yo deyò, e rale yo antre, pou kongregasyon SENYÈ a pa devni tankou yon mouton ki san bèje.”
NUM 27:18 Konsa SENYÈ a te di a Moïse: “Pran Josué, fis a Nun nan, yon nonm nan sila Lespri a rete a, e poze men ou sou li.
NUM 27:19 Konsa, fè li kanpe devan Éléazar, prèt la, ak devan tout kongregasyon an, e ba li lòd komisyon an devan zye yo.
NUM 27:20 Ou va mete otorite pa w sou li, pou tout kongregasyon a fis Israël yo kapab obeyi a li menm.
NUM 27:21 Anplis, li va kanpe devan Éléazar, prèt la, ki va fè ankèt pou li selon jijman a Orim nan devan SENYÈ a. A kòmand pa li, yo va sòti e a kòmand pa li, yo va antre, ni li, ni fis Israël yo avèk li menm, tout kongregasyon an menm.”
NUM 27:22 Moïse te fè jis sa ke SENYÈ a te kòmande li. Li te pran Josué e te mete li devan Éléazar, prèt la, avèk tout kongregasyon an.
NUM 27:23 Konsa, li te poze men li sou li e te bay li lòd komisyon an, jis jan ke SENYÈ a te pale pa Moïse la.
NUM 28:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
NUM 28:2 Bay lòd a fis Israël yo, e di yo: “Ou va fè atansyon pou prezante ofrann Mwen yo, manje Mwen pou ofrann pa dife Mwen yo, a yon odè ki santi bon anvè Mwen, nan lè ki deziye pou yo a.
NUM 28:3 Ou va di yo: ‘Sa se ofrann pa dife ke ou va ofri bay SENYÈ a: de mal mouton nan laj 1 nan, san defo, yon ofrann chak jou ki p ap janm sispann.
NUM 28:4 Ou va ofri yon jenn mouton nan maten e lòt jenn mouton an nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa;
NUM 28:5 osi, yon dizyèm efa farin fen kòm yon ofrann sereyal mele avèk yon ka hin lwil ki bat.
NUM 28:6 Li se yon ofrann brile tout tan ki te òdone nan mòn Sinaï kòm yon odè ki bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
NUM 28:7 Epi ofrann bwason li va yon ka hin lwil pou chak mouton. Ou va vide yon ofrann bwason ak bwason fò a SENYÈ a, nan plas ki sen an.
NUM 28:8 Lòt jenn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa. Menm jan ak ofrann sereyal maten an, ak ofrann bwason pa l, ou va ofri li, yon ofrann pa dife, yon odè ki bon bay SENYÈ a.
NUM 28:9 “‘Epi nan jou Saba a, de jenn mouton mal san defo, ak de dizyèm a yon efa farin fen, kon yon ofrann sereyal, mele avèk lwil, avèk ofrann bwason li an:
NUM 28:10 Sila a se ofrann brile a chak Saba, anplis ke ofrann brile tout tan ki fèt kontinyèlman, ak ofrann bwason an.
NUM 28:11 “‘Nan kòmansman a chak nan mwa nou yo, nou va prezante yon ofrann brile a SENYÈ a: de towo avèk yon belye, sèt jenn mal mouton, avèk laj 1 nan san defo,
NUM 28:12 epi twa dizyèm efa farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal pou chak towo; epi de dizyèm nan farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann pou yon sèl belye;
NUM 28:13 epi yon dizyèm efa farin fen mele avèk lwil kòm yon ofrann sereyal pou chak jenn mouton, kòm yon ofrann brile, yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
NUM 28:14 Ofrann bwason pa yo a va avèk yon mwatye hin diven pou yon towo, yon tyè hin pou belye a, ak yon ka hin pou yon jenn mouton. Sa se ofrann brile a pou chak mwa pandan tout mwa nan ane yo.
NUM 28:15 Epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche bay SENYÈ a. Li va ofri anplis ke ofrann brile ki pou fèt tout tan yo avèk ofrann bwason li.
NUM 28:16 “‘Alò, nan katòzyèm jou a, nan premye mwa a, se va Pak SENYÈ a.
NUM 28:17 Nan kenzyèm jou nan mwa a, va gen yon fèt pen san ledven ki va manje pandan sèt jou.
NUM 28:18 Nan premye jou fèt la, yon konvokasyon sen; nou pa pou fè okenn travay ki di.
NUM 28:19 Nou va prezante yon ofrann pa dife, yon ofrann brile bay SENYÈ a: de towo avèk yon belye ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo,
NUM 28:20 avèk ofrann sereyal pa yo, nou va ofri farin fen mele avèk lwil. Nou va ofri twa dizyèm efa pou yon towo ak de dizyèm pou belye a.
NUM 28:21 Yon dizyèm efa, nou va ofri li pou chak nan sèt jenn mouton yo;
NUM 28:22 epi yon mal kabrit pou yon ofrann peche pou fè ekspiyasyon pou nou.
NUM 28:23 Nou va prezante sa yo anplis ke ofrann brile maten an, ki se pou yon ofrann brile k ap fèt tout tan.
NUM 28:24 Nan menm jan sila a, nou va prezante li chak jou pandan sèt jou, manje a ofrann pa dife a, kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a. Li va prezante avèk ofrann bwason pa li an ki anplis ofrann brile k ap fèt tout tan an.
NUM 28:25 Nan setyèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.
NUM 28:26 “‘Osi, nan jou premye fwi yo, lè nou prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a nan fèt semèn yo, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.
NUM 28:27 Nou va ofri yon ofrann brile pou yon odè ki bon a SENYÈ a: de jenn towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan;
NUM 28:28 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak towo, de dizyèm pou yon belye.
NUM 28:29 Yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo;
NUM 28:30 osi yon mal kabrit pou fè ekspiyasyon pou nou.
NUM 28:31 Anplis, ofrann brile kontinyèl la avèk ofrann sereyal li an, nou va prezante yo avèk ofrann bwason pa yo a. Yo va san defo.
NUM 29:1 “‘Alò, nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va osi fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. Li va pou nou yon jou pou soufle twonpèt.
NUM 29:2 Ou va ofri yon ofrann brile kòm yon odè ki bon a SENYÈ a: yon towo, yon belye, ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, san defo;
NUM 29:3 osi, ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou belye a,
NUM 29:4 epi yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo.
NUM 29:5 Ofri yon mal kabrit pou yon ofrann peche, pou fè ekspiyasyon pou nou,
NUM 29:6 anplis, ofrann brile a lalin nèf yo avèk ofrann sereyal li, ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal li, ofrann bwason pa li, selon òdonans pa yo, pou yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
NUM 29:7 “‘Epi nan dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen, e nou va imilye nou. Nou p ap fè okenn travay.
NUM 29:8 Nou va prezante yon ofrann brile bay SENYÈ a kòm yon odè ki santi bon: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan, ki pa gen okenn defo;
NUM 29:9 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou yon belye,
NUM 29:10 yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo;
NUM 29:11 yon mal kabrit pou yon ofrann peche, anplis ke ofrann peche pou ekspiyasyon an, epi ofrann brile ki fèt tout tan an, avèk ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
NUM 29:12 “‘Nan kenzyèm jou a nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou va obsève yon fèt a SENYÈ a pandan sèt jou.
NUM 29:13 Nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a: trèz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo;
NUM 29:14 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak nan trèz towo yo, de dizyèm pou chak nan de belye yo,
NUM 29:15 epi yon dizyèm pou chak nan katòz belye yo;
NUM 29:16 epi yon mal mouton pou yon ofrann peche, anplis ofrann brile kontinyèl la, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
NUM 29:17 “‘Epi nan dezyèm jou a: douz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo;
NUM 29:18 epi ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, pa nimewo a yo selon òdonans lan;
NUM 29:19 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann kontinyèl la avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa yo.
NUM 29:20 “‘Epi nan twazyèm jou a: onz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo;
NUM 29:21 epi ofrann sereyal pa yo, ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan;
NUM 29:22 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile k ap fèt tout tan an, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
NUM 29:23 “‘Epi nan katriyèm jou a: de towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo;
NUM 29:24 ofrann sereyal pa yo a ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan;
NUM 29:25 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li.
NUM 29:26 “‘Epi nan senkyèm jou a: nèf towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo’
NUM 29:27 epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou mouton yo selon nimewo òdonans lan;
NUM 29:28 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa li a.
NUM 29:29 “‘Alò, nan sizyèm jou a: uit towo, de belye, katòz mal mouton 1 nan san defo;
NUM 29:30 epi ofrann sereyal yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan;
NUM 29:31 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa li a.
NUM 29:32 “‘Alò, nan setyèm jou a: sèt towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, san defo;
NUM 29:33 epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo selon nimewo òdonans lan,
NUM 29:34 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li a.
NUM 29:35 “‘Nan uityèm jou a, nou va fè yon asanble solanèl; nou pa pou fè okenn travay di nan jou sa yo.
NUM 29:36 Men nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon ofrann ki santi bon bay SENYÈ a: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan san defo;
NUM 29:37 ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa yo pou towo a, pou belye a ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan;
NUM 29:38 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal la avèk ofrann bwason pa li a.
NUM 29:39 “‘Nou va prezante sila yo bay SENYÈ a nan lè fèt apwente nou chwazi yo—anplis, ofrann ve nou yo ak ofrann bòn volonte nou yo—pou ofrann brile nou yo, pou ofrann sereyal pa nou yo, ofrann bwason pa nou yo ak ofrann lapè nou yo.’”
NUM 29:40 Moïse te pale avèk fis Israël yo an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo.
NUM 30:1 Alò, Moïse te pale a chèf a tribi fis Israël yo. Li te di: “Sa se pawòl ke SENYÈ a te kòmande a.
NUM 30:2 Si yon nonm fè yon ve a SENYÈ a, oswa fè yon sèman ki mare li ak yon angajman, li pa pou vyole pawòl li. Li va fè li an akò avèk tout sa ki sòti nan bouch li.
NUM 30:3 “Osi, si yon fanm fè yon ve a SENYÈ a, e li mare li ak yon angajman lakay papa li, pandan jenès li,
NUM 30:4 epi papa li te tande ve li a, angajman pa sila li te mare tèt li a, e papa li pa di li anyen, alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, yo va kanpe.
NUM 30:5 Men si papa li ta anpeche li nan jou ke li tande sa a, okenn nan ve sa yo ni angajman pa sila li te mare tèt li yo, p ap kanpe. SENYÈ a va padone li akoz ke papa li te anpeche li.
NUM 30:6 “Si li ta marye pandan li anba ve oswa sèman a bouch li ki te manke sajès la, pa sila li te vin mare tèt li a,
NUM 30:7 epi mari li tande sa e li pa di anyen a li menm nan jou ke li tande sa a; alò, ve li a va kanpe, e angajman pa sila li te mare tèt li a, va kanpe.
NUM 30:8 Men si nan jou ke mari li tande sa a, li anpeche li; alò, li va anile ve ke li anba li a, ak sèman ki te manke sajès pa sila li te mare tèt li a. SENYÈ a va padone li.
NUM 30:9 “Men yon ve pa yon vèv, oswa yon fanm divòse, tout sa pa sila li te mare tèt li a, va vin kanpe kont li.
NUM 30:10 “Si li te fè ve a lakay mari li, oswa li te mare tèt li pa yon angajman avèk yon sèman,
NUM 30:11 epi mari li te tande sa; men pa t di anyen a li menm, e li pa t anpeche li; alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, va vin kanpe.
NUM 30:12 Men si, vrèman, mari li anile yo nan jou ke li tande yo a; alò, okenn ve oswa angajman ki sòti nan lèv li, p ap kanpe. Mari li te anile yo. SENYÈ a va padone li.
NUM 30:13 Nenpòt ve oswa nenpòt sèman pa sila li te mare tèt li a, mari li kapab aksepte li, oswa mari li kapab anile li.
NUM 30:14 Men si mari li, vrèman, pa di anyen a li menm de jou an jou; alò, li te aksepte li. Paske li pa di anyen a li menm nan jou ke li te tande yo a.
NUM 30:15 Men si li, vrèman, anile yo apre li te tande yo a; alò, mari a va pote koupabilite chaj li.”
NUM 30:16 Sa yo se règleman ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, antre yon mesye ak madanm li, oswa antre yon papa ak fi ki nan laj jenès li, ki te viv lakay papa li.
NUM 31:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 31:2 Pran vanjans konplè pou fis Israël yo kont Madyanit yo. Apre, ou va rasanble anvè pèp ou a.
NUM 31:3 Moïse te pale avèk pèp la e te di: “Bay gason pami nou yo zam pou fè lagè; pou yo kapab sòti kont Madian pou egzekite vanjans SENYÈ a kont Madian.
NUM 31:4 Yon milye ki soti nan chak tribi a tout tribi Israël yo, nou va voye yo nan lagè.”
NUM 31:5 Konsa, te vin disponib soti nan milye an Israël, yon milye soti nan chak tribi, douz mil avèk zam prepare pou lagè.
NUM 31:6 Moïse te voye yo, yon milye sòti nan chak tribi nan lagè, e Phinées, fis Éléazar a, prèt la, nan lagè avèk yo, avèk veso sen ak twonpèt yo pou sone alam ki nan men l lan.
NUM 31:7 Konsa, yo te fè lagè kont Madian, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, e yo te touye tout gason yo.
NUM 31:8 Yo te touye wa a Madian yo ansanm avèk lòt ki te mouri yo: Evi, Rékem, Tsur, Hur, ak Réba, senk wa a Madian yo. Yo osi te touye Balaam fis a Beor a avèk nepe.
NUM 31:9 Fis a Israël yo te pran an kaptif fanm a Madian avèk timoun piti yo, tout bèf yo avèk tout bann bèt yo ak tout byen yo te piyaje yo.
NUM 31:10 Yo te brile tout vil kote yo te rete yo ak tout kan yo avèk dife.
NUM 31:11 Yo te piyaje ak tout sila ki te pran an kaptif yo, ni moun, ni bèt.
NUM 31:12 Yo te mennen kaptif yo avèk bèt yo avèk sa yo piyaje yo bay Moïse ak Éléazar, prèt la ak bay kongregasyon fis Israël yo, nan kan nan plèn Moab la, ki akote Jourdain an anfas Jéricho.
NUM 31:13 Moïse avèk Éléazar, prèt la ak tout chèf ki nan kongregasyon yo te ale deyò kan an pou rankontre yo.
NUM 31:14 Moïse te fache avèk ofisye lame a, kapitèn a dè milye ak kapitèn dè santèn ki te sòti nan sèvis lagè yo.
NUM 31:15 Moïse te di yo: “Èske nou te bay tout fanm yo lavi?
NUM 31:16 Gade byen, sila yo te fè fis Israël yo avèk konsèy Balaam nan vin peche kont SENYÈ a nan zafè Peor a; konsa, gwo epidemi te vin pami kongregasyon SENYÈ a.
NUM 31:17 Pou sa, touye tout gason pami pitit yo, e touye tout fanm ki gen tan fin kouche avèk gason.
NUM 31:18 Men tout fi ki poko konnen gason, konsève yo pou nou menm.
NUM 31:19 “Epi nou menm, fè kan deyò kan an pandan sèt jou; nenpòt moun ki te touye yon moun, e nenpòt moun ki te touche yon mò, pirifye tèt nou, nou menm avèk kaptif nou yo, nan twazyèm jou ak nan setyèm jou a.
NUM 31:20 Nou va pirifye tèt nou, tout rad nou yo, tout bagay ki fèt an kwi, tout travay an po kabrit ak tout bagay an bwa.”
NUM 31:21 Alò, Éléazar, prèt la, te di a mesye lagè ki te ale nan batay yo: “Sa se règleman a lalwa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la:
NUM 31:22 sèlman lò avèk ajan, avèk bwonz, fè, fè blan ak plon,
NUM 31:23 tout sa ki kapab sipòte dife, nou va fè pase nan dife, e li va vin pwòp; men li va pirifye avèk dlo pirifikasyon an. Men nenpòt sa ki pa kab sipòte dife, nou va pase yo nan dlo.
NUM 31:24 Epi nou va lave rad nou nan setyèm jou a pou nou vin pwòp; epi apre, nou kapab antre nan kan an.”
NUM 31:25 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di:
NUM 31:26 “Ou menm avèk Éléazar, prèt la, chèf a lakay zansèt yo nan kongregasyon an, pran kontwòl de sa ki te pran an kaptif yo, ni lòm, ni bèt;
NUM 31:27 epi divize piyaj la antre gèrye ki te sòti nan batay yo ak tout kongregasyon an.
NUM 31:28 Fè ranmase yon taks ki pou SENYÈ a sou gèrye ki te soti nan batay yo, youn nan chak senk san moun ke yo te pran an kaptif yo, nan bèf, nan bourik ak nan mouton;
NUM 31:29 pran li nan mwatye pa yo, e bay li a Éléazar, prèt la, kòm yon ofrann bay SENYÈ a.
NUM 31:30 Soti nan mwatye fis Israël yo, ou va pran youn ki sòti nan chak senkant moun, nan bèf, nan bourik ak nan mouton, nan tout bèt; epi bay yo a Levit ki responsab lòd nan tabènak SENYÈ a.”
NUM 31:31 Moïse avèk Éléazar, prèt la, te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
NUM 31:32 Alò, piyaj ki te rete nan byen ke mesye lagè yo te piyaje a te si-mil-swasann-kenz (675,000) mouton,
NUM 31:33 swasann-douz-mil (72,000) bèf,
NUM 31:34 swasanteyen-mil (61,000) bourik,
NUM 31:35 epi nan Kretyen kaptif yo, fanm ki pa t janm konnen gason yo, tout moun te trann-de-mil (32,000).
NUM 31:36 Mwatye a, pati a sila ki te ale nan lagè yo te konsa: kantite mouton yo te: twa-san-trann-sèt-mil-senk-san,
NUM 31:37 taks SENYÈ a te sis-san-swasann-kenz (675);
NUM 31:38 bèf yo te trann-si-mil (36,000), ladann taks la te swasann-douz (72);
NUM 31:39 bourik yo te trann-mil-senk-san (30,500), ladan yo taks SENYÈ a te swasanteyen (61);
NUM 31:40 moun vivan yo te sèz-mil (16,000), ladan yo taks SENYÈ a te trann-de (32) moun.
NUM 31:41 Moïse te bay taks la, ofrann SENYÈ a Éléazar, prèt la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
NUM 31:42 Epi pou mwatye a fis Israël yo, ke Moïse te retire nan men mesye ki te ale nan lagè yo——
NUM 31:43 Mwatye kongregasyon an te twa-san-trann-sèt-mil-senk-san (337,500) mouton,
NUM 31:44 trann-si-mil (36,000) bèf,
NUM 31:45 trann-mil-senk-san (30,500) bourik,
NUM 31:46 moun vivan yo te sèz-mil (16,000)
NUM 31:47 epi soti nan mwatye fis Israël yo, Moïse te retire nan chak senkant, ni nan lòm ak nan bèt yo, e li te bay yo a Levit yo, ki te kenbe lòd nan tabènak SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
NUM 31:48 Alò, ofisye ki te sou dè milye nan lame yo, kapitèn a dè milye e kapitèn a dè santèn yo te apwoche Moïse,
NUM 31:49 epi yo te di a Moïse: “Sèvitè nou yo te pran kontwòl a mesye lagè ki sou chaj nou yo, e nanpwen pèsòn pami nou ki pa la.
NUM 31:50 Konsa, nou vin pote yon ofrann bay SENYÈ a sou sa ke chak moun te twouve, bagay an lò, chenèt, braslè, bag, zanno ak kolye, pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a.”
NUM 31:51 Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò pa yo, tout kalite bagay ki fonn.
NUM 31:52 Tout lò pou ofrann, yo te ofri devan SENYÈ a, soti nan kapitèn dè milye ak kapitèn dè santèn yo, se te sèz-mil-sèt-san-senkant (16,750) sik.
NUM 31:53 Mesye lagè yo te pran piyaj la, chak nonm pou kont li.
NUM 31:54 Konsa, Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò kapitèn dè milye ak dè santèn yo, e yo te pote li nan tant asanble a kòm yon souvni a fis Israël yo devan SENYÈ a.
NUM 32:1 Alò, fis Ruben yo avèk fis Gad yo te gen vrèman yon gran kantite bèt. Konsa, lè yo te wè tèren nan Jaezer a ak peyi a Galaad la, ke li te vrèman yon kote ki bon pou bèt.
NUM 32:2 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te vin pale avèk Moïse ak Éléazar, prèt la, avèk chèf kongregasyon an. Yo te di yo,
NUM 32:3 “Atharoth, Dibon, Jaezer, Nimra, Hesbon Elealé, Sebam, Nebo ak Beon,
NUM 32:4 peyi ke SENYÈ a te bat devan kongregasyon Israël yo, se yon peyi ki pou pran swen bèt, e sèvitè ou yo gen bèt.”
NUM 32:5 Yo te di: “Si nou twouve favè nan zye ou, kite peyi sa a vin bay a sèvitè ou yo kòm yon posesyon. Pa mennen nou lòtbò Jourdain an.”
NUM 32:6 Men Moïse te di a fis Gad yo e a fis Ruben yo: “Èske frè nou yo va ale nan lagè, pou nou menm rete chita isit la?
NUM 32:7 Koulye a, poukisa nou ap dekouraje fis Israël yo travèse lòtbò a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a?
NUM 32:8 Se sa ke papa nou yo te fè lè mwen te voye yo sòti nan Kadès-Barnéa pou wè peyi a.
NUM 32:9 Paske, lè yo te monte nan vale Eschcol pou te wè peyi a, yo te dekouraje fis Israël yo jiskaske yo pa t antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a.
NUM 32:10 “Konsa, kòlè SENYÈ a te brile nan jou sa a, Li te sèmante, e te di:
NUM 32:11 ‘Okenn nan mesye sa yo ki monte kite Égypte, ki gen laj plis ke ventan p ap wè peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob la; paske yo pa t swiv Mwen nèt,
NUM 32:12 sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’
NUM 32:13 Konsa, chalè a SENYÈ a te brile kont Israël, e Li te fè yo vin egare nan dezè a pandan karantan, jiskaske tout jenerasyon sa a pami sila ki te fè mal nan zye SENYÈ a yo, te vin detwi.
NUM 32:14 “Koulye a, veye byen, nou te vin leve nan plas papa nou yo, yon nich moun plen peche, pou vin mete menm plis sou kòlè SENYÈ a kont Israël.
NUM 32:15 Paske si nou vire akote, e nou pa swiv Li, Li va, yon fwa, ankò abandone yo nan dezè a; epi nou va detwi tout pèp sa yo.”
NUM 32:16 Alò, yo te vin pwoche li e te di: “Nou va bati isit la pak mouton pou bèt nou yo ak vil pou pitit nou yo;
NUM 32:17 men nou, nou menm, nou va pran zam tou prepare pou ale devan fis Israël yo, jiskaske nou enstale yo nan plas yo. Pandan pitit nou yo ap viv nan vil fòtifye akoz sila k ap viv nan peyi yo.
NUM 32:18 Nou p ap retounen lakay nou jiskaske chak moun nan fis Israël yo gen tan posede eritaj pa yo.
NUM 32:19 Paske nou p ap gen yon eritaj avèk yo lòtbò Jourdain an, oswa pi lwen, paske eritaj pa nou an te tonbe bannou nan kote Jourdain a sila a, vè lès la.”
NUM 32:20 Konsa Moïse te di yo: “Si nou va fè sa, si nou va pran zam nou yo devan SENYÈ a pou fè lagè a,
NUM 32:21 epi nou tout mesye avèk zam yo travèse Jourdain an devan SENYÈ a jiskaske Li pouse lènmi Li yo soti devan Li,
NUM 32:22 epi peyi a vin anba kontwòl devan SENYÈ a. Alò, apre nou va retounen, lib de angajman yo vè SENYÈ a, ak vè Israël. Konsa, peyi sila a va pou nou kòm yon posesyon devan SENYÈ a.
NUM 32:23 “Men si nou pa fè sa, veye byen, nou te peche kont SENYÈ a, e fòk nou konnen ke peche nou va vin jwenn nou.
NUM 32:24 Bati pou nou menm gran vil pou pitit nou yo, pak pou mouton nou yo, e fè sa ke nou te pwomèt yo.”
NUM 32:25 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te pale avèk Moïse. Yo te di: “Sèvitè ou yo va fè ojis sa ke mèt mwen kòmande yo a.
NUM 32:26 Pitit nou yo, madanm nou yo, ak bèt nou yo va rete nan vil Galaad yo;
NUM 32:27 pandan sèvitè ou yo, chak ki gen zam pou fè lagè, va travèse lòtbò nan prezans SENYÈ a pou batay la, jis jan ke mèt mwen pale.”
NUM 32:28 Konsa, Moïse te pase lòd konsènan yo a Éléazar, prèt la, a Josué, fis a Nun nan, e a chèf lakay papa zansèt yo, a tribi a fis Israël yo.
NUM 32:29 Moïse te di yo: “Si fis a Gad avèk fis a Ruben yo, tout sila ki te pran zam pou batay yo, va travèse avèk nou lòtbò Jourdain an nan prezans SENYÈ a, e peyi a vin soumèt devan nou, alò nou va ba yo peyi a Galaad la kòm yon posesyon.
NUM 32:30 Men si yo refize travèse avèk nou avèk zam yo, yo va genyen posesyon yo pami nou nan peyi Canaran.”
NUM 32:31 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te reponn e te di: “Jan SENYÈ a te pale a sèvitè ou yo, konsa nou va fè.
NUM 32:32 Nou menm, nou va travèse lòtbò avèk zam yo nan prezans SENYÈ a, nan peyi Canaran, e posesyon eritaj nou va rete avèk nou lòt kote Jourdain an.”
NUM 32:33 Konsa, Moïse te bay yo, fis a Gad avèk fis a Ruben yo, mwatye tribi fis a Joseph la, Manassé, wayòm a Sihon, wa a Amoreyen yo, wayòm a Og la, wa a Basan an, peyi a avèk vil pa yo, tèritwa pa yo, vil a tèritwa ki te antoure yo.
NUM 32:34 Fis a Gad yo te bati Dibon avèk Ataroth ak Aroër,
NUM 32:35 Atroth-Schophan, Jaezer, Jogbetha,
NUM 32:36 Beth Nimra avèk Beth Haran, kòm vil byen fòtifye ak pak pou mouton.
NUM 32:37 Fis a Ruben yo te bati Hesbon, Elealé, avèk Kirjathaïm,
NUM 32:38 Nebo avèk Baal-Meon——non ki te chanje yo—ak Sibma, e yo te bay lòt non a vil ke yo te bati yo.
NUM 32:39 Fis a Makir yo, fis a Manassé yo te ale Galaad pou te pran li, e yo te deplase Amoreyen ki te rete ladann yo.
NUM 32:40 Konsa, Moïse te bay Galaad a Makir, fis a Manassé a, e li te viv ladann.
NUM 32:41 Jaïr, fis a Manassé a te ale pran vil li yo, e li te rele yo Havvoth-jaïr.
NUM 32:42 Nobach te ale pran Kenath avèk vil pa li yo, e li te rele li Nobach selon pwòp non pa li.
NUM 33:1 Sa se vwayaj a fis Israël yo sou sila yo te sòti nan peyi Égypte la pa lame pa yo, anba direksyon Moïse avèk Aaron.
NUM 33:2 Moïse te ekri yon rapò pou montre pwent kòmansman nan vwayaj yo selon kòmand SENYÈ a, e sa yo se vwayaj selon pwent kòmansman sila yo.
NUM 33:3 Yo te vwayaje soti nan Ramsès nan premye mwa a, sou kenzyèm jou a. Nan jou apre Pak la, fis Israël yo te soti avèk gwo kouraj devan zye a tout Ejipsyen yo,
NUM 33:4 pandan tout Ejipsyen yo t ap antere tout premye ne ke SENYÈ a te frape detwi pami yo. SENYÈ a te osi egzekite jijman sou dye ki te pou yo.
NUM 33:5 Alò, fis a Israël yo te vwayaje soti Ramsès pou te fè kan nan Succoth.
NUM 33:6 Yo te vwayaje soti Succoth pou te fè kan nan Etham, ki sou kote dezè a.
NUM 33:7 Yo te vwayaje soti Etham pou te vire fè bak jis nan Pi-Hahiroth, ki anfas Baal-Tsephon, e yo te vin fè kan devan Migdol.
NUM 33:8 Yo te vwayaje soti devan Pi-Hahiroth. Yo te pase nan mitan lanmè a pou rive nan dezè a, yo te vwayaje pandan twa jou nan dezè Étham nan, e yo te vin fè kan nan Mara.
NUM 33:9 Yo te vwayaje soti Mara pou te rive nan Élim. Nan Élim, te gen douz sous dlo, swasann-dis pye palmis, e yo te fè kan an.
NUM 33:10 Yo te vwayaje soti nan Élim, pou te fè kan bò kote Lamè Wouj.
NUM 33:11 Yo te vwayaje soti Lamè Wouj pou te fè kan nan dezè Tsin nan.
NUM 33:12 Yo te vwayaje soti nan dezè Tsin nan pou te fè kan nan Dophka.
NUM 33:13 Yo te vwayaje soti nan Dophka pou te fè kan nan Alusch.
NUM 33:14 Yo te vwayaje soti Alusch pou te fè kan nan Rephidim. Se te la ke pèp la pa t gen dlo pou bwè a.
NUM 33:15 Yo te vwayaje soti nan Rephidim pou te fè kan nan dezè Sinaï a.
NUM 33:16 Yo te vwayaje soti nan dezè Sinaï a pou te fè kan nan Kibroth-Hattaava.
NUM 33:17 Yo te vwayaje soti nan Kibroth-Hattaava pou te fè kan nan Hatséroth.
NUM 33:18 Yo te vwayaje soti nan Hatséroth pou te fè kan nan Rithma.
NUM 33:19 Yo te vwayaje soti nan Rithma pou te fè kan nan Rimmon-Pérets.
NUM 33:20 Yo te vwayaje soti nan Rimmon-Pérets pou te fè kan nan Libna.
NUM 33:21 Yo te vwayaje soti nan Libna pou te fè kan nan Rissa.
NUM 33:22 Yo te vwayaje soti nan Rissa pou te fè kan nan Kehélatha.
NUM 33:23 Yo te vwayaje soti nan Kehélatha pou te fè kan nan Schapher.
NUM 33:24 Yo te vwayaje soti nan Mòn Schapher pou te fè kan nan Harda.
NUM 33:25 Yo te vwayaje soti nan Harda pou te fè kan nan Makhéloth.
NUM 33:26 Yo te vwayaje soti nan Makhéloth pou te fè kan nan Tahath.
NUM 33:27 Yo te vwayaje soti nan Tahath pou te fè kan nan Tarach.
NUM 33:28 Yo te vwayaje soti nan Tarach pou te fè kan nan Mithka.
NUM 33:29 Yo te vwayaje soti nan Mithka pou te fè kan nan Haschmona.
NUM 33:30 Yo te vwayaje soti nan Haschmona pou te fè kan nan Moséroth.
NUM 33:31 Yo te vwayaje soti nan Moséroth pou te fè kan nan Bené-Jaakan.
NUM 33:32 Yo te vwayaje soti nan Bené-Jaakan pou te fè kan nan Hor-Guidgad.
NUM 33:33 Yo te vwayaje soti nan Hor-Guidgad pou te fè kan nan Jothbatha.
NUM 33:34 Yo te vwayaje soti nan Jothbatha pou te fè kan nan Abrona.
NUM 33:35 Yo te vwayaje soti nan Abrona pou te fè kan nan Etsjon-Guéber.
NUM 33:36 Yo te vwayaje soti nan Etsjon-Guéber pou te fè kan nan dezè a Tsin nan: sa vle di, Kadès.
NUM 33:37 Yo te vwayaje soti nan Kadès pou te fè kan nan Mòn Hor, nan lizyè peyi Édom an.
NUM 33:38 Konsa, Aaron, prèt la, te monte nan Mòn Hor selon lòd SENYÈ a, e li te mouri la nan karantyèm ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan premye jou sou senkyèm mwa a.
NUM 33:39 Aaron te gen san-venn-twazan (123) lè li te mouri sou Mòn Hor a.
NUM 33:40 Alò, Kananeyen an, wa a Arad ki te rete Negev la nan peyi Canaran an, te tande ke fis Israël yo t ap pwoche.
NUM 33:41 Alò, yo te vwayaje soti nan Mòn Hor pou te fè kan nan Tsalmona.
NUM 33:42 Yo te vwayaje soti nan Tsalmona pou te fè kan nan Punon.
NUM 33:43 Yo te vwayaje soti nan Punon pou te fè kan nan Oboth.
NUM 33:44 Yo te vwayaje soti nan Oboth pou te fè kan nan Ijjé-Abarim nan lizyè Moab la.
NUM 33:45 Yo te vwayaje soti nan Ijjé-Abarim pou te fè kan nan Dibon-Gad.
NUM 33:46 Yo te vwayaje soti nan Dibon-Gad pou te fè kan nan Almon-Diblathaïm.
NUM 33:47 Yo te vwayaje soti nan Almon-Diblathaïm pou te fè kan nan mòn Abarim yo devan Nebo.
NUM 33:48 Yo te vwayaje soti nan mòn Abarim yo pou te fè kan nan plèn a Moab yo akote Jourdain an, anfas Jéricho.
NUM 33:49 Yo te fè kan akote Jourdain an, soti nan Beth-Jeschimoth pou jis rive nan Abel-Sittim nan plèn a Moab yo.
NUM 33:50 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn a Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di:
NUM 33:51 Pale avèk fis Israël yo e di yo, “Lè nou fin travèse Jourdain an pou antre nan peyi Canaran an,
NUM 33:52 alò, nou va chase deyò tout abitan nan peyi a soti devan nou. Nou va detwi tout zidòl taye an wòch pa yo, detwi tout imaj fonn yo, e kraze nèt tout wo plas yo.
NUM 33:53 “Konsa, nou va pran posesyon peyi a pou viv ladann. Paske Mwen te bay peyi a a nou pou posede li.
NUM 33:54 Nou va eritye tèren an pa tiraj osò selon fanmi nou yo. Pou pi gran fanmi yo, eritaj la va vin plis, pou pi piti yo, nou va bay mwens nan eritaj la. Nenpòt lè tiraj osò a tonbe sou nenpòt fanmi, sila a va pou li. Nou va eritye pa tribi a zansèt nou yo.
NUM 33:55 “Men si nou pa pouse mete deyò, tout abitan peyi a devan nou, alò, li va vin rive ke sila ke nou kite pami nou yo, va vin pike zye nou. Yo va devni tankou pikan bò kote nou, e yo va twouble nou nan peyi kote nou rete a.
NUM 33:56 Epi li va rive ke sa M te anvizaje fè yo, M ap vin fè l nou.”
NUM 34:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
NUM 34:2 Kòmande fis Israël yo e di yo: “Lè nou antre nan peyi Canaran an, sa se peyi ki va vin tonbe pou nou kòm eritaj la; peyi a Canaran an menm, selon lizyè pa li.
NUM 34:3 “Pati sid la va rive soti nan dezè Tsin nan akote Edom. Lizyè sid la va kouri soti nan pwent Lamè Sale a pou ale vè lès.
NUM 34:4 Epi lizyè nou an va vire soti nan sid pou monte vè Akrabbim, e kontinye rive nan Tsin, epi dènye pwent li an va nan sid Kadès-Barnéa. Konsa, li va rive nan Hatsar-Addar pou kontinye rive nan Atsmon.
NUM 34:5 Lizyè a va vire soti nan Atsmon nan ti flèv Égypte la, pou fini nan lanmè.
NUM 34:6 “‘Epi selon fwontyè lwès la, nou va genyen Gran Lamè a, sa vle di kot li. Sa va fwontyè lwès la.
NUM 34:7 “‘Epi sa va fwontyè nò nou: nou va trase lizyè a soti nan Gran Lamè a pou rive nan Mòn Hor.
NUM 34:8 Nou va trase yon lizyè soti nan Mòn Hor pou rive nan Lebo-hamath, e fwontyè a va vin fini nan Tsedad.
NUM 34:9 Konsa, fwontyè a va kontinye nan Ziphron, e dènye pwent li an va nan Hatsar-Énan. Sa va fwontyè nò nou.
NUM 34:10 “‘Pou fwontyè lès la, nou va osi trase yon lizyè soti nan Hatsar-Énan pou rive nan Schepham.
NUM 34:11 Konsa, fwontyè a va desann soti nan Schepham nan Ribla nan kote lès a Aïn nan. Epi lizyè a va desann rive nan pant sou kote lès a Lamè Kinnéreth la.
NUM 34:12 Konsa, fwontyè a va desann rive nan Jourdain an, e li va fini nan Lamè Sale a. Sa va peyi pa nou an selon lizyè yo ki antoure li a.’”
NUM 34:13 Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo.
NUM 34:14 Paske, tribi a fis Ruben yo te deja resevwa pa yo selon lakay zansèt pa yo, tribi a fis a Gad yo selon lakay zansèt pa yo, e mwatye tribi a Manassé a te resevwa posesyon pa l.
NUM 34:15 De tribi edmi sa yo te resevwa posesyon pa yo lòtbò Jourdain an, anfas Jéricho, vè lès, vè solèy leve a.”
NUM 34:16 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
NUM 34:17 “Sila yo se non a mesye ki va divize peyi a bannou kòm eritaj nou yo: Éléazar, prèt la, avèk Josué, fis a Nun nan.
NUM 34:18 Nou va pran yon chèf nan chak tribi pou divize peyi a kòm eritaj nou.
NUM 34:19 “Sila yo se non a mesye sa yo: nan tribi Juda a, Caleb, fis a Jephaunné a.
NUM 34:20 “Nan tribi fis a Siméon yo, Samuel fis a Ammihud la.
NUM 34:21 “Nan tribi Benjamin an, Élidad fis a Kislon an.
NUM 34:22 Nan tribi fis a Dan yo, yon chèf, Buki, fis a Jogli a.
NUM 34:23 “Nan tribi fis Joseph yo: nan tribi a fis a Manassé yo, chèf Hanniel, fis a Éphod la.
NUM 34:24 “Nan tribi a fis a Éphraïm nan, yon chèf, Kemuel, fis a Schiphtan an.
NUM 34:25 “Nan tribi a fis a Zabulon yo, yon chèf, Élitsaphan, fis a Parnac la.
NUM 34:26 “Nan tribi a fis a Issacar yo, yon chèf, Paltiel, fis a Azzan an.
NUM 34:27 “Nan tribi a fis a Aser yo; yon chèf, Ahihud, fis a Schelomi a.
NUM 34:28 “Nan tribi a fis a Nephtali yo, yon chèf, Pedahel, fis a Ammihud la.”
NUM 34:29 Sa yo se sila ke SENYÈ a te kòmande pou divize eritaj a fis Israël yo nan peyi Canaran an.
NUM 35:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di:
NUM 35:2 Kòmande fis a Israël yo pou yo bay a Levit yo soti nan eritaj a posesyon pa yo vil pou Levit yo rete ladan. Konsa, nou va bay a Levit yo tèren patiraj ki antoure vil yo.
NUM 35:3 Vil yo va pou yo, pou yo viv ladann. Tèren pa yo va pou bèf pa yo, pou twoupo pa yo ak pou tout bèt pa yo.
NUM 35:4 Tèren patiraj lavil ke nou te bay a Levit yo va rive soti nan miray lavil yo, pou lonje rive jis a mil (1,000) koude.
NUM 35:5 Nou va, osi, mezire deyò lavil la nan kote lès, de-mil (2,000) koude, nan kote sid, de-mil (2,000) koude, nan kote lwès, de-mil (2,000) koude, ak nan kote nò, de-mil koude, avèk vil nan mitan li an. Sa va devni pou yo kòm tèren pa yo pou vil yo.
NUM 35:6 Vil ke nou va bay a Levit yo va sis vil azil kote moun ki touye moun kapab sove ale. Anplis de sa yo, nou va bay karann-de vil.
NUM 35:7 Tout vil ke nou va bay a Levit yo va karanntuit vil ansanm avèk tèren patiraj pa yo.
NUM 35:8 Selon vil ke nou va bay soti nan posesyon a fis Israël yo, nou va pran plis nan men pi gran yo, e nou va pran mwens nan men pi piti yo. A tout selon eritaj li ke li resevwa va bay kèk nan vil pa li yo a Levit yo.
NUM 35:9 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
NUM 35:10 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou fin travèse Jourdain an pou lantre nan peyi Canaran an,
NUM 35:11 alò, nou va apwente pou nou menm vil azil nou, pou sila ki touye moun yo, san entansyon eksprè, kapab sove ale.
NUM 35:12 Vil yo va pou nou yon refij kont vanjè yo, pou sila ki touye moun nan pa mouri jiskaske li ta vin kanpe devan kongregasyon an pou jije.
NUM 35:13 Vil ke nou bay yo va sis vil nou yo pou azil.
NUM 35:14 Nou va bay twa vil lòtbò Jourdain an ak twa vil nan peyi Canaran an. Yo va sèvi kòm vil azil.
NUM 35:15 Sis vil sila yo va tankou refij pou fis Israël yo, pou etranje a ak pou sila ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san entansyon eksprè kapab sove ale pou rive la.
NUM 35:16 “‘Men si li te frape detwi li avèk yon objè an fè, pou l ta vin mouri, li se yon asasen. Yon asasen va, anverite, vin mete a lanmò.
NUM 35:17 Si li te frape li avèk yon wòch nan men l, pou l ta vin mouri, epi li mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò.
NUM 35:18 Oswa, si li te frape li avèk yon bout bwa nan men l pou li ta mouri, e li vin mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò.
NUM 35:19 Vanjè san an va, li menm, mete asasen an a lanmò. Li va mete li a lanmò depi li rankontre li.
NUM 35:20 Si li t ap pouse li akoz rayisman, oswa jete yon bagay sou li lè li kouche pou fè pèlen, e kòm rezilta, li te vin mouri,
NUM 35:21 oswa, si li te frape li avèk men l an rayisman, e li vin mouri, sila ki te frape li a va, vrèman, vin mete a lanmò. Li se yon asasen. Vanjè san an va mete asasen an a lanmò lè li rankontre li.
NUM 35:22 “‘Men si li vin pouse li sibitman san rayisman, oswa li te jete yon bagay sou li san entansyon,
NUM 35:23 oswa, avèk nenpòt objè mòtèl an wòch, men san wè, li vin tonbe sou li e li vin mouri, pandan li pa t lènmi li, ni li pa t ap chache pou fè li mal,
NUM 35:24 alò, kongregasyon an va jije antre moun ki touye moun nan avèk vanjè san an, selon òdonans sa yo.
NUM 35:25 Kongregasyon an dwe pwoteje moun ki touye moun nan de men a vanjè san an, e kongregasyon an va voye li retounen nan vil azil kote li te sove ale a. Epi konsa, li va viv ladann jiskaske lanmò wo prèt ki te onksyone avèk lwil sen an.
NUM 35:26 “‘Men si moun ki touye moun nan sòti pi lwen ke lizyè pwòp vil azil pa li a, kote li te gen dwa sove ale a,
NUM 35:27 epi vanjè san an vin jwenn li deyò lizyè vil azil li a; epi vanjè san an touye moun ki te touye moun nan, li p ap koupab de san an,
NUM 35:28 akoz li te dwe rete nan vil azil pa li a jiskaske wo prèt la vin mouri. Men apre lanmò wo prèt la, moun ki te touye moun nan va retounen vè peyi posesyon pa li a.
NUM 35:29 “‘Bagay sa yo va yon òdonans lalwa pou tout jenerasyon nou yo nan tout abitasyon nou yo.
NUM 35:30 “‘Si, yon moun touye yon moun, asasen an va vin mete a lanmò sou temwayaj temwen yo, men pèsòn pa pou mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen.
NUM 35:31 “‘Anplis, nou pa pou pran ranson pou lavi a yon asasen ki koupab jiska lanmò. Li va, vrèman, vin mete a lanmò.
NUM 35:32 Nou pa pou pran ranson pou sila ki te sove ale nan vil azil la, pou l kab retounen viv nan peyi a avan lanmò a wo prèt la.
NUM 35:33 “‘Alò, nou pa pou kontamine peyi kote nou rete a; paske san an va kontamine peyi a e nanpwen ekspiyasyon pou peyi pou san ki koule ladann, sof pa san a sila ki te fè vèse san an.
NUM 35:34 Nou pa pou konwonpi peyi kote nou rete a, kote Mwen menm rete a. Paske Mwen, SENYÈ a, Mwen ap viv pami fis Israël yo.’”
NUM 36:1 Epi chèf lakay zansèt a fis a Galaad yo, fis a Makir yo, fis a Manassé a, a zansèt a Joseph yo, te vin toupre pou te pale devan Moïse ak devan chèf yo, chèf lakay zansèt a fis Israël yo.
NUM 36:2 Yo te di: “SENYÈ a te kòmande mèt pa mwen an pou bay peyi a pa tiraj osò a fis Israël yo. E mèt mwen an te kòmande pa SENYÈ a pou bay eritaj a Tselophchad la, frè nou an, bay pitit fi li yo.
NUM 36:3 Men si yo marye avèk youn nan fis nan lòt tribi fis Israël yo, eritaj yo va retire nan eritaj zansèt nou yo, e li va vin ajoute a eritaj a tribi sou sila yo vin manm nan. Konsa, l ap retire nan eritaj ki te tonbe nan dwa nou an.
NUM 36:4 Lè jibile a rive, alò, eritaj pa yo a va ajoute a eritaj tribi kote yo manm nan. Konsa, eritaj pa yo a va retire nan eritaj tribi a zansèt nou yo.”
NUM 36:5 Alò, Moïse te kòmande fis a Israël yo pa pawòl a SENYÈ a, e te di: “Sa ke tribi a fis Joseph yo di a se sa.
NUM 36:6 Se sa ke SENYÈ a te kòmande konsènan fi a Tselophchad yo e te di: ‘Kite yo marye ak nenpòt moun ke yo vle; men fòk yo marye nan pwòp fanmi a tribi zansèt papa pa yo.
NUM 36:7 Konsa, nanpwen eritaj nan fis Israël yo ki va transfere de tribi a tribi, paske fis Israël yo va chak kenbe eritaj a tribi zansèt yo.
NUM 36:8 Chak fi ki vin posede yon eritaj nan yon tribi a fis Israël yo va madanm a yon moun ki nan fanmi tribi zansèt papa li a, pou chak fis Israël yo kapab posede eritaj a zansèt pa yo.
NUM 36:9 Konsa nanpwen eritaj k ap transfere de yon tribi rive nan yon lòt tribi. Paske, tribi a fis Israël yo va chak kenbe nan pwòp eritaj pa yo.’”
NUM 36:10 Jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, se konsa fi a Tselophchad yo te fè:
NUM 36:11 Machla, Thirtsa, Hogla, Milca, ak Noa, fi a Tselophchad yo, yo te marye avèk fis a tonton yo.
NUM 36:12 Yo te marye sa yo soti nan fanmi a fis a Manassé yo, fis a Joseph la, e eritaj yo te rete avèk tribi a fanmi zansèt papa yo.
NUM 36:13 Sa yo se kòmandman ak règleman ke SENYÈ a te kòmande a fis Israël yo pa Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an, anfas Jéricho.
DEU 1:1 Sa yo se pawòl a Moïse ke li te pale a tout pèp Israël la lòtbò Jourdain an, nan dezè a, nan Arabah, anfas Suph, antre Paran, Tophel, Laban, Hatséroth, ak Di-Zahab.
DEU 1:2 Se te yon vwayaj onz jou soti nan Horeb pa chemen a Mòn Séir pou rive nan Kadès-Barnéa.
DEU 1:3 Nan katriyèm ane a, nan premye jou nan onzyèm mwa a, Moïse te pale avèk fis Israël yo selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li anvè yo,
DEU 1:4 lè li te fin bat Sihon, wa Amoreyen ki te rete Hesbon an, ak Og, wa Basan an, ki te rete Aschtaroth avèk Édréï.
DEU 1:5 Anfas Jourdain an, nan peyi Moab la, Moïse te kòmanse fè eksplikasyon sou lwa sa a. Li te di:
DEU 1:6 “SENYÈ a, Bondye nou an, te pale avèk nou isit la nan Horeb, e Li te di: ‘Nou gen tan rete la a nan mòn sa pou ase de tan.
DEU 1:7 Vire kòmanse vwayaj nou an pou ale nan peyi mòn ki pou Amoreyen yo e vè tout kote nan Arabah yo nan peyi mòn yo, nan tèren ba yo, nan Negev la, nan lanmè a, peyi a Canaran yo ak nan Liban jis rive nan gran rivyè Euphrate la.
DEU 1:8 Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou. Ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo—a Abraham, Isaac, e a Jacob—a yo menm ak desandan ki apre yo.’”
DEU 1:9 “Mwen te pale avèk nounan tan sa a pou te di nou, ‘Mwen sèl p ap kapab pote fado nou pou kont mwen.
DEU 1:10 SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil, e gade byen, jodi a nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.
DEU 1:11 Ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, kapab fè nou vin miltipliye yon mil fwa anplis ke nou ye a, e beni nou jis jan ke li te pwomèt nou an.
DEU 1:12 Kijan mwen sèl mwen, ta kapab sipòte fado a nou menm avèk tout zen nou konn fè yo?
DEU 1:13 Chwazi moun ki saj, ki gen disènman avèk eksperyans nan pwòp tribi nou yo e mwen vaapwente yo kòm chèf nou.’
DEU 1:14 “Nou te reponn mwen e te di: ‘Bagay ke ou di a, bon.’
DEU 1:15 “Konsa, mwen te pran chèf an tèt tribi nou yo, moun saj avèk eksperyans, e mwen te apwente yo kòm chèf sou nou, dirijan a dè milye, a dè santèn, a dè senkantèn, a dè dizèn ak ofisye pou tribi nou yo.
DEU 1:16 Mwen te pase lòd ak jij nou yo nan tan sa a. Mwen te di, ‘Tande ka ki parèt antre nou menm avèk moun peyi parèy nou yo, e jije avèk ladwati antre yon nonm avèk moun peyi parèy a li, oswa etranje ki pami nou an.
DEU 1:17 Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou pè moun, paske jijman an se pou Bondye. Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’
DEU 1:18 Mwen te kòmande nou nan tan sa a, tout bagay ke nou te gen pou fè.
DEU 1:19 “Konsa, nou te pati Horeb pou te pase nan tout gran dezè tèrib sila a ke nou te wè nan wout la pou rive nan peyi mòn a Amoreyen yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an; epi nou te vini Kadès Barnéa.
DEU 1:20 Mwen te di nou: ‘Nou gen tan vini nan peyi mòn a Amoreyen yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an.
DEU 1:21 Nou wè, SENYÈ a, Bondye nou an, te mete peyi a devan nou. Monte ladann, posede li, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pale nou an. Pa pè, ni dekouraje.’”
DEU 1:22 “Konsa, nou tout te vin kote m e te di: ‘Annou voye moun devan nou pou yo kapab fè ankèt peyi a pou nou, pou retounen bannou yon pawòl konsènan chemen nou ta dwe monte a ak vil ke nou va antre yo.’
DEU 1:23 “Sa te fè m plezi. Mwen te pran douz mesye pami nou, yon mesye pou chak tribi.
DEU 1:24 Yo te vire pou te monte nan peyi mòn nan, e yo te rive nan vale Eschcol la pou espyone ladann.
DEU 1:25 Epi yo te pran kèk nan fwi peyi a nan men yo pou te pote li bannou. Yo te mennen bannou yon rapò. Yo te di: ‘Se yon bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an.’”
DEU 1:26 “Men nou pa t vle monte. Nou te fè rebèl kont kòmand a SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 1:27 Nou te plenyen nan tant nou yo e te di: ‘Akoz SENYÈ a rayi nou, Li te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou livre nou nan men Amoreyen yo pou detwi nou.
DEU 1:28 Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann. Yo te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou! Vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la!’ Anplis, nou te wè fis a Anak yo la!”
DEU 1:29 “Konsa, mwen te di nou: ‘Pa etone, ni pa pè yo.
DEU 1:30 SENYÈ a, li menm, ki ale devan nou an, va, Li menm, goumen pou nou, jis jan ke Li te fè pou nou an Égypte la devan zye nou,
DEU 1:31 epi nan dezè a kote nou te wè kijan SENYÈ a, Bondye nou an, te pote nou, jis jan ke yon nonm ta pote fis li, nan tout chemen kote nou te mache jis nou vin rive kote sa a.’”
DEU 1:32 “Men malgre tout sa, nou pa t mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an,
DEU 1:33 ki te ale devan nou nan chemen an pou chèche yon kote pou nou fè kan, kòm dife nan aswè ak nwaj nan lajounen pou montre nou nan ki chemen nou dwe ale.
DEU 1:34 “Epi SENYÈ a te tande son pawòl nou yo. Li te fache. Li te sèmante e te di:
DEU 1:35 ‘Nanpwen youn nan mesye sa yo, jenerasyon mechan sila a, ki va wè bon peyi ke mwen te sèmante pou bay a zansèt nou yo.
DEU 1:36 Sof ke Caleb, fis a Jephunné a. Li va wè li. A li menm avèk fis li yo Mwen va bay peyi kote li te mete pye li akoz li te swiv SENYÈ a nèt.’
DEU 1:37 “Anplis, SENYÈ a te fache avèk mwen osi akoz nou menm. Li te di: ‘Ni ou menm tou, ou p ap antre la.
DEU 1:38 Josué, fis a Nun nan, ki kanpe la devan nou an, li va antre la. Ankouraje li, paske li va fè Israël jwenn eritaj li a.
DEU 1:39 “‘Anplis, pitit nou ke nou te di ta devni yon piyaj la, ak fis nou ki nan jou sa a pa t gen konesans a ni sa ki bon ak sa ki mal, va antre la. Mwen va bay yo li, e yo va posede li.
DEU 1:40 Men pou nou menm, vire pa dèyè, e fè wout nou pou dezè a pa Lamè Wouj.’
DEU 1:41 “Konsa, nou te di mwen: ‘Nou te peche kont SENYÈ a; anverite, nou va monte pou fè lagè, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an.’ Epi tout gason nan nou te mete zam sou yo. Yo te kalkile ke li te fasil pou monte nan peyi mòn nan.”
DEU 1:42 “Men SENYÈ a te di mwen: ‘Di yo: “Pa monte, ni goumen, paske Mwen pa pami nou. Otreman, nou va vin bat devan lènmi nou yo.”’
DEU 1:43 “Konsa, mwen te pale avèk nou, men nou pa t koute mwen. Olye de sa, nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a. Nou te aji avèk awogans e nou te monte nan peyi mòn lan.
DEU 1:44 Amoreyen ki te rete nan peyi mòn sa yo te parèt kont nou. Yo te chase nou tankou myèl ta fè e yo te kraze nou soti nan Séir jis rive nan Horma.
DEU 1:45 Konsa, nou te retounen pou te kriye fò devan SENYÈ a; men SENYÈ a pa t koute vwa nou, ni bannou zòrèy Li.
DEU 1:46 Pou sa, nou te rete Kadès pandan anpil jou, jou sa yo ke nou te pase la a.”
DEU 2:1 “Epi nou te vire pati vè dezè a pa chemen Lamè Wouj la, jan SENYÈ a te pale mwen an, e nou te ansèkle Mòn Séir pandan anpil jou.
DEU 2:2 “Epi SENYÈ a te pale avèk mwen. Li te di:
DEU 2:3 ‘Nou gen tan fin ansèkle mòn sa a pandan ase de tan. Vire bò kote nò a.
DEU 2:4 Kòmande pèp la e di yo: “Nou va pase nan tèritwa frè nou yo, fis a Ésaü yo ki rete Séir, eyo va pè nou. Pou sa, fè atansyon.
DEU 2:5 Pa bourade yo, paske Mwen p ap bannou okenn nan tè pa yo, menm yon ti mòso, paske Mwen te bay Ésaü Mòn Séir pou posede l.
DEU 2:6 Nou va achte manje nan men yo avèk lajan pou nou kapab manje. Epi nou va, osi, achte dlo pou bwè nan men yo avèk lajan nou.”’”
DEU 2:7 “Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.”
DEU 2:8 “Pou sa, nou te pase devan kite frè nou yo, fis a Esaü ki rete Séir yo, lwen wout Araba a, lwen Élath ak Etsjon-Guéber. Konsa, nou te vire pase nan chemen dezè Moab la.
DEU 2:9 “Alò, SENYÈ a te di mwen, ‘Pa menase Moab, ni pa fè pwovokasyon lagè, paske Mwen p ap bannou okenn nan peyi pa yo pou posede. Paske Mwen te bay Ar a fis a Lot yo kòm posesyon.’
DEU 2:10 “(Avan, se te pèp Émim ki te rete la; yon gwo pèp, gran an kantite, e wo menm jan ak Anakim (jeyan yo).
DEU 2:11 Tankou Anakim yo, yo konnen kòm Rephaïm; men Moabit yo, te rele yo Émim.
DEU 2:12 Otrefwa, se te Oriyen yo ki te rete Séir, men fis a Esaü yo te deplase yo, te detwi yo devan yo, e yo te vin rete nan plas yo, jis jan ke Israël te fè lè yo te vin posede peyi pa yo ke SENYÈ a te bay yo.)
DEU 2:13 “‘Koulye a, leve travèse ravin Zéred la, nou menm.’ Konsa, nou te travèse ravin Zéred la.
DEU 2:14 “Alò, tan ke nou te pran pou sòti Kadès-Barnéa pou vin travèse ravin Zéred la se te trann-tuit ane, jiskaske tout jenerasyon moun lagè yo te mouri soti anndan kan an, jan SENYÈ a te sèmante a yo menm nan.
DEU 2:15 Anplis, men a SENYÈ a te kont yo, pou detwi yo soti anndan kan an jiskaske yo tout te mouri.
DEU 2:16 “Epi li te vin rive ke lè tout moun lagè yo te fin mouri pami pèp la,
DEU 2:17 ke SENYÈ a te pale avè m e te di:
DEU 2:18 ‘Jodi a, ou va travèse sou Ar, lizyè a Moab la.
DEU 2:19 Lè ou vin anfas fis Ammon yo, pa menase yo ni pwovoke yo, paske Mwen p ap bay ou okenn nan peyi ki pou fis Ammon yo kòm posesyon pa w, paske Mwen te bay li a fis a Lot yo kòm posesyon.’
DEU 2:20 “(Li rele osi peyi a, Rephaïm, akoz Rephaïm yo te viv la avan sa, men Amonit yo rele yo Zamzumminim,
DEU 2:21 yon pèp tèlman gran e anpil, wo tankou Anakim, men SENYÈ a te detwi yo devan yo. Epi yo te chase yo sòti pou te vin rete nan plas yo,
DEU 2:22 jis jan ke li te fè pou fis Esaü yo, ki te rete Séir, lè Li te detwi Oriyen yo soti devan yo; yo te chase yo e yo te vin rete nan plas yo menm jiska jodi a.
DEU 2:23 Epi Avyen ki te rete nan vil yo jis rive kote Gaza, Kaftorim yo ki te sòti nan Caphtor, te detwi yo, e te vin viv nan plas yo.)
DEU 2:24 “Leve, pati, e pase nan vale Arnon an. Gade! Mwen te bay Sihon, Amoreyen an, wa a Hesbon avèk peyi pa l nan men nou. Kòmanse pran posesyon an e atake li pou fè lagè.
DEU 2:25 Nan jou sila a, Mwen va kòmanse mete lakrent ak laperèz ou sou pèp toupatou anba syèl yo, ki, lè yo tande rapò a ou menm, yo va tranble e soufri nan laperèz akoz de ou.”
DEU 2:26 “Konsa, Mwen te voye mesaje soti nan dezè a Kedémoth vè Sihon, wa Hesbon an avèk pawòl lapè. Mwen te di:
DEU 2:27 ‘Kite mwen pase nan peyi ou a, Mwen va vwayaje sèlman sou gran chemen an; mwen p ap vire akote ni adwat ni agoch.
DEU 2:28 Ou va vann mwen manje pou lajan pou m kab manje; epi ban mwen dlo pou lajan pou m kab bwè. Sèlman, kite mwen pase ladann a pye,
DEU 2:29 jis jan ke fis a Esaü ki rete Séir yo ak Moabit ki rete Ar yo te fè pou mwen, jiskaske mwen travèse Jourdain an pou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an.’
DEU 2:30 “Men Sihon, wa Hesbon an, pa t dakò kite nou pase nan peyi pa li a; paske SENYÈ a te fè lespri li rèd e kè li di, pou l ta kapab livre li nan men nou, jan ke li ye la jodi a.
DEU 2:31 “Senyè a te di mwen: ‘Ou wè, Mwen te deja kòmanse livre Sihon avèk peyi li a nan men ou. Kòmanse okipe ou, pou nou kapab genyen peyi li a.’
DEU 2:32 “Epi Sihon avèk tout pèp li a te parèt pou rankontre nou nan batay nan Jahats la.
DEU 2:33 SENYÈ a, Bondye nou an, te livre li bannou, e nou te bat li avèk fis li yo ak tout pèp li a.
DEU 2:34 Konsa, nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a, e nou te konplètman detwi mesye yo, fanm yo, avèk pitit nan chak vil yo. Nou pa t menm kite youn vivan.
DEU 2:35 Se sèl bèt nou te pran kòm piyaj nou, ak piyaj a vil ke nou te pran an kaptif.
DEU 2:36 “Soti nan Aroër ki nan arebò vale Arnon an, epi soti nan vil ki nan vale a, menm pou rive Galaad, pa t gen vil ki te twò wo pou nou. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo bannou tout.
DEU 2:37 Sèlman, nou pa t pwoche tèritwa fis a Ammon yo, toupatou akote rivyè Jabbok la ak vil peyi mòn yo, ak nenpòt kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, te anpeche nou antre.”
DEU 3:1 “Alò, nou te vire monte nan wout la vè Basan. Konsa, Og, wa a Basan an avèk tout pèp li a te sòti pou rankontre nou nan batay nan Édréï.
DEU 3:2 Men SENYÈ a te di mwen: ‘Pa pè li, paske Mwen te livre li avèk tout pèp li a, ak peyi li a nan men ou; epi ou va fè li menm jan ke ou te fè Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon an.’
DEU 3:3 “Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, te livre osi Og, wa Basan an, avèk tout pèp li a nan men nou e nou te frape yo jis nanpwen ki te rete vivan.
DEU 3:4 Nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a; nanpwen vil ke nou pa t pran sou yo: swasant vil, tout rejyon Argob la, wayòm a Og la, nan Basan.
DEU 3:5 Tout vil sa yo te fòtifye avèk miray ki wo, avèk pòtay byen bare; epi osi, anpil vil ki te san miray.
DEU 3:6 Nou te konplètman detwi yo, jis jan ke nou te fè a Sihon, wa Hesbon an, e nou te konplètman detwi gason, fanm ak pitit a chak vil yo.
DEU 3:7 Men nou te piyaje tout bèt ak byen a vil yo.
DEU 3:8 “Konsa, nou te pran peyi a nan tan sa a nan men wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon an.
DEU 3:9 (Sidonyen yo rele Hermon Sirion e Armoreyen yo rele li, Senir.)
DEU 3:10 Nou te pran tout vil nan platon yo, tout Galaad ak tout Basan jis rive nan Salca ak Édréï, vil a wayòm Og yo, nan Basan.
DEU 3:11 (Paske se sèl Og, wa Basan an ki te rete kòm retay a Rephaïm yo. Gade byen, kabann li te fèt an fè. Èske li pa nan Rabbath, vil a fis Ammon yo? Longè li se te nèf koude e lajè li se te kat koude nan koude a yon moun.)”
DEU 3:12 “Konsa, nou te vin pran posesyon a peyi sila nan tan sa a. Soti nan Aroër, ki bò kote vale Arnon an, ak mwatye peyi ti mòn a Galaad yo, avèk vil pa li yo, mwen te bay yo a Ribenit yo e a Gadit yo.
DEU 3:13 Rès pati a Galaad la ak tout Basan an, wayòm Og la, mwen te bay a mwatye tribi Manassé a, tout rejyon a Argob la (pa tout Basan, se li yo rele peyi a Rephaïm yo.
DEU 3:14 Jaïr, fis a Manassé a te pran tout rejyon Argob la jis rive nan lizyè Gechiyen yo ak Maakatyen yo, e yo te rele li Basan, selon pwòp non pa li, Havvoth-Jaïr, e se konsa li rele jis jodi a.)
DEU 3:15 A Makir, mwen te bay Galaad.
DEU 3:16 A Ribenit yo avèk Gadit yo, mwen te bay soti Galaad pou rive jis nan vale Arnon, mitan vale a sèvi kòm yon lizyè e jis nan rivyè Jabbok la, ki se fwontyè a fis Ammon yo;
DEU 3:17 Araba a osi, avèk rivyè Jourdain an kòm yon lizyè soti Kinnéreth jis rive nan lanmè Araba a, Lamè Sale a, nan pye a mòn Pisga nan lès.
DEU 3:18 “Epi mwen te kòmande nou nan tan sa a e te di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou peyi sa a pou posede li. Nou tout, mesye vanyan yo, nou va travèse avèk zam devan frè nou yo, fis Israël yo.
DEU 3:19 Men madanm nou yo avèk pitit nou yo ak bèt nou yo (mwen konnen ke nou genyen anpil bèt) va rete nan vil ke mwen te bannou yo,’
DEU 3:20 jis SENYÈ a bay repo a sitwayen parèy a nou an, jis tankou nou; epi yo, osi, vin posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, va bay yo lòtbò Jourdain an. Nan moman sa a, nou tout kapab retounen nan pwòp posesyon pa l ke mwen te bannou an’.
DEU 3:21 “Mwen te kòmande Josué e te di: ‘Zye ou gen tan fin wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a dè wa sa yo. Konsa, SENYÈ a va fè nan tout wayòm kote ou prèt pou travèse yo.
DEU 3:22 Pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li menm k ap goumen pou nou.’
DEU 3:23 “Nan tan sa a, osi, mwen te sipliye SENYÈ a, Bondye nou an. Mwen te di:
DEU 3:24 ‘O SENYÈ BONDYE, Ou te kòmanse montre sèvitè ou a jan Ou gran ak men pwisan Ou. Paske ki dye ki genyen nan syèl la oswa sou tè a, ki kapab fè kalite zèv sa yo, zèv pwisan tankou pa Ou yo?
DEU 3:25 Kite mwen pase, mwen priye Ou, travèse wè bèl peyi ki lòtbò Jourdain an, bèl peyi mòn sa a, avèk Liban.’
DEU 3:26 “Men SENYÈ a te fache avèk mwen akoz nou menm, e Li pa t koute mwen. SENYÈ a te di mwen: ‘Sa sifi! Pa pale M ankò de zafè sa a.
DEU 3:27 Monte sou tèt Pisga, leve zye ou vè lwès, nan nò, sid avèk lès, e gade li avèk zye ou, paske ou p ap travèse Jourdain an.
DEU 3:28 Men pale Josué, ankouraje li e ba li fòs, paske li va ale lòtbò a nan tèt a pèp sa a, e li va bay yo li kòm eritaj pa yo peyi ke ou va wè a.’
DEU 3:29 “Konsa, nou te rete nan vale a anfas Beth-Peor a.”
DEU 4:1 “Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou.
DEU 4:2 Nou p ap mete yon mo sou sa ke mwen ap kòmande nou an ni retire nan li; pou nou kapab kenbe kòmandman a SENYÈ a, Bondye nou an, ke mwen te kòmande nou yo.
DEU 4:3 “Zye nou gen tan wè sa ke SENYÈ a te fè nan ka Baal-Peor a, paske tout moun ki te swiv Baal-Peor yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te detwi yo nan mitan nou.
DEU 4:4 Men nou menm ki te kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, nou vivan jodi a, nou chak.
DEU 4:5 “Nou wè, mwen te enstwi nou règleman avèk jijman yo jis jan SENYÈ a, Bondye mwen an, te kòmande mwen an, pou nou ta fè konsa nan peyi kote nou ap antre pou posede a.
DEU 4:6 Pou sa, kenbe yo e fè yo paske sa se sajès avèk konprann nou devan zye a tout pèp ki va tande tout règleman sa yo e ki va di: ‘Anverite, nasyon sa a se yon pèp ki saj e ki gen konprann.’
DEU 4:7 Paske ki gran nasyon ki genyen, avèk yon dye ki osi touprè li kòm SENYÈ a, Bondye nou an, nenpòt lè nou rele Li?
DEU 4:8 Oswa ki gran nasyon ki genyen avèk règleman ak jijman ki dwat tankou sa ke mwen ap mete devan nou jodi a?
DEU 4:9 “Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo.
DEU 4:10 Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’
DEU 4:11 “Nou te pwoche e ou te kanpe nan pye mòn nan. Mòn nan te brile avèk dife jis rive nan kè syèl la: tenèb, nwaj avèk fènwa.
DEU 4:12 Epi SENYÈ a te pale avèk nou soti nan mitan dife a: nou te tande son pawòl yo, men nou pa t wè okenn fòm——sèlman yon vwa.
DEU 4:13 Konsa, Li te deklare bay nou akò ke Li te kòmande nou pou fè a, sa vle di, Dis Kòmandman yo. Li te ekri yo sou de tab an wòch.
DEU 4:14 SENYÈ a te kòmande mwen nan tan sa a pou enstwi nou lwa avèk règleman li yo, pou nou ta kapab fè yo nan peyi kote nou pral travèse pou posede a.
DEU 4:15 “Pou sa, veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a,
DEU 4:16 pou nou pa aji yon jan konwonpi, e fè yon imaj taye pou nou menm nan fòm a okenn bagay, ki sanble a ni mal, ni femèl,
DEU 4:17 sanblab a nenpòt bèt ki sou latè, oswa sanblab a nenpòt zwazo a zèl ki vole anlè,
DEU 4:18 ki sanblab a nenpòt sa ki ranpe atè, ki sanblab a nenpòt pwason ki nan dlo anba tè a.
DEU 4:19 Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la.
DEU 4:20 Men SENYÈ a te pran nou e mennen nou sòti nan founo fè a, an Égypte, pou nou kapab yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, tankou jodi a.
DEU 4:21 “Alò, SENYÈ a te fache avè m akoz de nou, e Li te sèmante pou mwen pa t travèse Jourdain an; epi pou Mwen pa ta antre nan bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj nou an.
DEU 4:22 Paske mwen va mouri nan peyi sila a. Mwen p ap travèse Jourdain an, men nou va travèse e pran posesyon a bon peyi sila a.
DEU 4:23 Pou sa, veye nou, pou nou pa bliye akò a SENYÈ a, ke Li te fè avèk nou, e fè pou nou menm yon imaj taye nan okenn fòm kont sila SENYÈ Bondye nou an, te kòmande nou an.
DEU 4:24 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon dife voras, yon Bondye ki jalou.
DEU 4:25 “Lè nou devni papa a pitit, pitit a pitit, gen tan rete lontan nan peyi a, aji yon jan konwonpi, fè yon zidòl nan fòm a nenpòt bagay, e fè sa ki mal nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwovoke Li a lakòlè,
DEU 4:26 Mwen rele syèl la avèk tè a kòm temwen kont nou jodi a, ke nou va vrèman peri vit nan peyi kote nou ap pase Jourdain an pou posede a. Nou p ap viv pandan anpil tan ladann, men nou va detwi nèt.
DEU 4:27 SENYÈ a va gaye nou pami pèp yo; epi nou va rete pa anpil an kantite pami nasyon kote SENYÈ a bourade nou yo.
DEU 4:28 La, nou va sèvi dye yo, zèv men a lòm yo, bwa avèk wòch, ki pa wè ni tande, ni manje ni santi anyen.
DEU 4:29 Men soti la, nou va chache SENYÈ a; epi nou va jwenn Li si nou chache Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.
DEU 4:30 Lè nou nan gwo pwoblèm e tout bagay sa yo rive nou; nan dènye jou yo, nou va retounen a SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va koute vwa Li.
DEU 4:31 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Bondye ki plen avèk mizerikòd; Li p ap lage nou, ni detwi nou ni bliye akò avèk zansèt nou yo ke Li te sèmante a yo menm.
DEU 4:32 Anverite, mande, koulye a, konsènan ansyen jou avan nou yo, soti jou ke Bondye te kreye lòm sou latè a, e mande soti nan yon pwent syèl la jis rive nan lòt la. Èske yon gran bagay konsa janm fèt, oswa èske yo janm tande anyen konsa?
DEU 4:33 Èske okenn pèp te janm tande vwa Bondye pale ak yo soti nan mitan dife, jan nou te tande l e viv la?
DEU 4:34 Oswa èske yon dye te janm eseye pran pou li menm yon nasyon soti nan yon lòt nasyon pa eprèv, pa sign ak mirak avèk lagè, pa yon men pwisan, pa yon bwa lonje e pa gran bagay etonan, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te fè pou nou an Égypte devan zye nou?
DEU 4:35 A nou menm, li te montre ke nou ta kapab konnen ke SENYÈ a, se Bondye; nanpwen lòt sof ke Li menm.
DEU 4:36 Soti nan syèl yo, Li te kite nou tande vwa Li pou korije nou; epi sou latè, Li te kite nou wè gran dife Li a; epi nou te tande pawòl Li soti nan mitan dife a.
DEU 4:37 Paske Li te renmen zansèt nou yo; pou sa, Li te chwazi desandan apre yo. Epi Li menm, pou kont Li, Li te mennen nou sòti an Égypte avèk gran pouvwa Li,
DEU 4:38 epi te pouse devan nou tout nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou menm yo, pou mennen nou antre pou bannou tèren pa yo kòm eritaj, jan li ye nan jodi a.
DEU 4:39 Pou sa, konnen jodi a e fè sa antre nan kè nou, ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a; nanpwen lòt.
DEU 4:40 Pou sa, nou va kenbe règleman Li yo avèk kòmandman Li yo ke mwen ap bannou jodi a, pou li kapab ale byen avèk nou e avèk zanfan apre nou yo; epi pou nou kapab viv anpil tan sou tè ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou tout tan an.”
DEU 4:41 Epi Moïse te mete apa twa vil lòtbò Jourdain an vè lès,
DEU 4:42 pou yon moun ki touye yon moun ta kapab sove ale, ki te san entansyon touye vwazen li san ke li pa t gen rayisman anvè li nan tan pase yo; pou li ta kab sove ale nan youn nan vil sa yo:
DEU 4:43 Betser, nan dezè sou platon an pou Ribenit yo, Ramoth nan Galaad pou Gadit yo ak Golan nan Basan pou Manasit yo.
DEU 4:44 Alò, sa se lalwa ke Moïse te mete devan fis Israël yo;
DEU 4:45 sa yo se temwayaj avèk lwa avèk règleman ke Moïse te pale a fis Israël yo, lè yo te sòti an Égypte,
DEU 4:46 anfas Jourdain an, nan vale ki anfas Beth-Peor a, nan peyi a wa Sihon an, wa Amoreyen yo ki te rete Hesbon an, ke Moïse avèk fis Israël yo te bat lè yo te sòti an Égypte la.
DEU 4:47 Yo te pran posesyon a tèren pa li an avèk tèren Og la, wa Basan an, de wa Amoreyen ki te anfas Jourdain yo vè lès,
DEU 4:48 soti nan Aroër ki vin touche vale Arnon an, jis rive nan Mòn Sion (sa vle di Hermon),
DEU 4:49 avèk tout Araba anfas Jourdain an vè lès, jis rive nan lanmè Araba, nan pye pant mòn Pisga a.
DEU 5:1 Konsa, Moïse te rele tout Israël e te di yo: “Koute, O Israël, lwa avèk règleman ke mwen va pale jodi a yo nan tande pa nou, pou nou kapab aprann yo e swiv yo avèk atansyon.
DEU 5:2 SENYÈ a, Bondye nou an, te fè yon akò avèk nou nan Horeb.
DEU 5:3 SENYÈ a pa t fè akò sa a avèk zansèt nou yo, men avèk nou, nou tout ki vivan isit la jodi a.
DEU 5:4 “SENYÈ a te pale fasafas avèk nou nan mòn nan soti nan mitan dife a,
DEU 5:5 pandan mwen te kanpe devan SENYÈ a ak nou menm, nan tan sa a, pou deklare a nou pawòl a SENYÈ a. Paske nou te pè akoz dife a, e nou pa t monte nan mòn nan. Li te di:
DEU 5:6 ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
DEU 5:7 ‘Nou pa pou gen lòt dye devan Mwen.
DEU 5:8 ‘Nou pa pou fè pou nou menm okenn zidòl, ni okenn imaj a sila ki anwo nan syèl la, ni anba sou tè a, ni nan dlo anba tè a.
DEU 5:9 Nou pa pou adore yo ni sèvi yo; paske Mwen, SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Dye jalou, ki vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,
DEU 5:10 men ki montre lanmou dous a anpil milye, a sila ki renmen Mwen yo e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
DEU 5:11 ‘Nou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki pran non li an ven an san pinisyon.
DEU 5:12 ‘Obsève jou Saba a pou kenbe l sen, jan SENYÈ a Bondye nou an te kòmande nou an.
DEU 5:13 ‘Pandan sis jou, nou va travay pou fè tout zèv nou yo,
DEU 5:14 men setyèm jou a, se yon Saba a SENYÈ Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay, ni nou menm ni fis nou, ni fi nou, ni sèvitè nou, ni sèvant nou, ni bèf kabwèt nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèf nou yo, ni etranje ki vin demere pami nou, pou sèvitè avèk sèvant lan kapab pran repo menm jan ak nou.
DEU 5:15 Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti la avèk yon men pwisan, e ak bra Li ki lonje. Pou sa, SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou pou obsève jou Saba a.
DEU 5:16 ‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an.
DEU 5:17 Nou pa pou touye moun.
DEU 5:18 Nou pa pou fè adiltè.
DEU 5:19 Nou pa pou vòlè.
DEU 5:20 Nou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen nou.
DEU 5:21 Nou pa pou anvi madanm vwazen nou, e nou pa pou anvi kay vwazen nou, chan li, oswa sèvitè li oswa sèvant li, bèf li, bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen nou.’”
DEU 5:22 “Pawòl sa yo SENYÈ a te pale avèk tout asanble nou yo nan mòn nan soti nan mitan dife a, nan nwaj la nan gwo fènwa a, avèk yon gwo vwa. Li pa t mete anyen anplis. Li te ekri yo sou de tablo wòch e Li te ban mwen yo.
DEU 5:23 “Konsa, lè nou te tande vwa a soti nan mitan fènwa a, pandan mòn nan te brile avèk dife a, nou te pwoche vè mwen, tout chèf tribi nou ak ansyen nou yo.
DEU 5:24 Nou te di: “Gade byen, SENYÈ a, Bondye nou an, te montre nou glwa Li avèk grandè Li, e nou te tande vwa Li soti nan mitan dife a. Nou te wè jodi a ke Bondye pale avèk lòm, malgre sa, li rete vivan.
DEU 5:25 “Alò, poukisa nou ta dwe mouri? Paske gran dife sila a va brile nou. Si nou tande vwa SENYÈ a toujou, alò, nou va mouri.
DEU 5:26 Paske se kilès ki fèt avèk chè ki tande vwa a Bondye vivan an k ap pale nan mitan dife a, tankou nou, e ki viv?
DEU 5:27 Ou menm ale touprè Li pou tande tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an pale nou, e nou va tande sa pou nou fè.”
DEU 5:28 “SENYÈ a te tande vwa a pawòl nou yo lè nou te pale avèk mwen, epi SENYÈ a te di mwen: ‘Mwen te tande vwa a pawòl a pèp sa a, ke yo te pale ak ou yo. Yo te fè byen nan sa ke yo te pale yo.
DEU 5:29 O ke yo ta tèlman gen yon kè nan yo pou yo ta krent Mwen e kenbe tout kòmandman Mwen yo tout tan, pou li ta kapab byen pou yo ak tout fis yo pou tout tan.
DEU 5:30 Ale di yo: “Retounen nan tant nou”.
DEU 5:31 Men pou ou menm, kanpe isit la akote Mwen, pou Mwen kapab pale avèk ou tout kòmandman yo, lwa yo avèk jijman ke nou va montre yo pou yo kapab swiv yo nan peyi ke Mwen bay yo pou posede a.’
DEU 5:32 “Pou sa, nou va swiv e fè ojis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an. Nou pa pou vire ni adwat, ni agoch.
DEU 5:33 Nou va mache nan tout chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou nou kapab viv e pou sa kapab ale byen pou nou, pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke nou va posede a.
DEU 6:1 “Koulye a, sa se kòmandman an, lwa ak jijman ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande mwen pou enstwi nou, pou nou ta kapab fè nan peyi kote nou va travèse pou posede a,
DEU 6:2 pou nou menm avèk fis nou yo avèk pitit a fis nou yo kapab gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe tout règleman ak kòmandman Li yo, ke Mwen te kòmande nou, tout jou nan vi nou yo, e pou jou nou yo kapab pwolonje.
DEU 6:3 “O Israël, ou dwe koute e fè atansyon ak sa, pou sa kapab ale byen pou nou, e pou nou kapab miltipliye anpil, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo te pwomèt nou an, nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
DEU 6:4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn!
DEU 6:5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou.
DEU 6:6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou.
DEU 6:7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.
DEU 6:8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou.
DEU 6:9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
DEU 6:10 “Alò, li va rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob pou bannou, vil ki gran e ki vrèman bèl, ke nou pa t bati,
DEU 6:11 epi kay yo ki plen avèk bon bagay ke nou pa t ranpli, ak sitèn yo fouye ke nou pa t fouye, chan rezen ak chan doliv ke nou pa t plante, epi nou manje e satisfè;
DEU 6:12 alò, veye nou menm, pou nou pa bliye SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
DEU 6:13 “Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li.
DEU 6:14 Nou p ap swiv lòt dye yo, okenn nan dye a pèp ki antoure nou yo,
DEU 6:15 paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, se yon Dye jalou; otreman, kòlè Bondye nou an va limen kont nou, e Li va efase nou sou fas tè a.
DEU 6:16 “Nou pa pou mete a leprèv SENYÈ a, Bondye nou an, jan nou te fè nan Massa a.
DEU 6:17 “Avèk dilijans, nou dwe kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ak temwayaj avèk lwa Li yo, ke Li te kòmande nou.
DEU 6:18 “Nou va fè sa ki dwat e bon nan zye SENYÈ a, pou sa kapab ale byen pou nou e pou nou kapab antre e posede bon peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo,
DEU 6:19 lè nou pouse mete deyò tout lènmi nou yo devan nou, jan SENYÈ a te pale a.
DEU 6:20 “Lè fis nou mande nou nan tan k ap vini yo, pou di: ‘Kisa temwayaj, lwa ak jijman, ke SENYÈ a te kòmande nou yo vle di?’
DEU 6:21 Alò, nou va di a fis nou yo: ‘Nou te esklav a Farawon an Égypte, e SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan.
DEU 6:22 Anplis, SENYÈ a te montre gwo sign dezas ak mèvèy devan zye nou kont Égypte, Farawon, ak tout lakay li.
DEU 6:23 Li te mennen nou sòti kote sa a pou mennen nou antre, pou bannou peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo.’
DEU 6:24 “Pou sa, SENYÈ a te kòmande nou pou swiv tout lwa sa yo, pou krent SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwòp avantaj pa nou, e pou nou kapab siviv, jan sa ye jis rive jodi a.
DEU 6:25 Sa va sèvi kòm ladwati pou nou si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sila yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke Li te kòmande nou an.
DEU 7:1 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo;
DEU 7:2 epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè.
DEU 7:3 Anplis, nou p ap marye avèk yo. Nou pa pou bay fi nou yo bay fis pa yo, ni nou p ap pran fi pa yo pou fis nou yo.
DEU 7:4 Paske yo va detounen fis nou yo lwen de sèvi Mwen, pou sèvi lòt dye yo. Konsa, kòlè SENYÈ a va limen kont nou, e Li va detwi nou byen vit.
DEU 7:5 Men se konsa nou va fè yo: nou va chire lotèl yo, kraze pilye sakre yo, koupe an mòso tout poto Ashera yo, e brile imaj taye yo avèk dife.
DEU 7:6 Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo.
DEU 7:7 “SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo,
DEU 7:8 men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la.
DEU 7:9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,
DEU 7:10 men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.
DEU 7:11 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman yo, lwa avèk jijman ke Mwen ap kòmande nou yo jodi a, pou nou fè.
DEU 7:12 “Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo.
DEU 7:13 Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou.
DEU 7:14 Nou va beni plis ke tout pèp. P ap gen ni mal, ni femèl k ap esteril pami nou ni pami bèt nou yo.
DEU 7:15 “Senyè a va retire pami nou tout maladi; epi Li p ap mete sou nou okenn nan move maladi Égypte ke nou te konnen yo, men Li va mete yo sou tout sila ki rayi nou yo.
DEU 7:16 Nou va devore tout pèp ke SENYÈ Bondye nou an, va livre bannou. Zye nou p ap bay yo pitye, ni nou p ap sèvi dye pa yo, paske sa ta yon pèlen pou nou.
DEU 7:17 “Si nou ta di nan kè nou: ‘Nasyon sa yo pi gran ke nou; kijan mwen kapab chase yo?’
DEU 7:18 nou pa pou pè yo. Nou va byen sonje sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè Farawon ak tout Égypte:
DEU 7:19 Nou te wè avèk zye nou gwo eprèv, sign avèk mèvèy, men pwisan avèk bwa lonje pa sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va fè ak tout pèp ke nou konn pè yo.
DEU 7:20 “Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va voye gèp kont yo, jiskaske tout sila ki te rete kache yo vin mouri.
DEU 7:21 Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye.
DEU 7:22 “SENYÈ a, Bondye nou an, va netwaye retire nasyon sa yo devan nou mòso pa mòso. Nou p ap kab fini avèk yo vit yon sèl kou, paske bèt sovaj yo ta vin peple twòp pou nou.
DEU 7:23 Men SENYÈ a, Bondye nou an, va livre yo devan nou, e Li va jete yo nan gran konfizyon jiskaske yo vin detwi.
DEU 7:24 Li va livre wa yo nan men nou pou nou fè non yo peri anba syèl la. Nanpwen yon moun ki kab kanpe devan nou jiskaske nou fin detwi yo nèt.
DEU 7:25 “Imaj a dye pa yo, nou va brile yo avèk dife. Nou p ap anvi ni ajan ni lò ki sou yo, ni pran yo pou nou menm, sinon, sa va devni yon pèlen pou nou; paske se yon abominasyon a SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 7:26 Nou p ap fè antre yon abominasyon konsa lakay nou, oswa tankou li, nou va vin anba madichon. Rayi li nèt e deteste li, paske li se yon bagay ki anba madichon.”
DEU 8:1 “Tout kòmandman ke Mwen ap kòmande nou jodi a, nou va fè atansyon pou fè yo, pou nou kapab viv, miltipliye, e antre ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo.
DEU 8:2 “Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa t ap kenbe kòmandman Li yo.
DEU 8:3 “Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.
DEU 8:4 Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni pye nou pa t anfle pandan karantan sila yo.
DEU 8:5 Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.
DEU 8:6 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li an, e pou krent Li.
DEU 8:7 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap mennen nou antre nan yon bon peyi, yon peyi ki gen anpil ti rivyè ak sous dlo; sous k ap koule, k ap kouri nan vale ak ti mòn yo;
DEU 8:8 yon peyi avèk ble ak lòj, avèk pye rezen, pye fig, avèk grenad, yon peyi avèk lwil doliv ak siwo myèl;
DEU 8:9 yon peyi kote nou va manje manje san manke. Ladan l nou p ap manke anyen; yon peyi kote wòch se fè; epi kote nan ti mòn yo, nou kab fouye kwiv.
DEU 8:10 “Lè nou fin manje e satisfè, nou va beni SENYÈ a, Bondye nou an, pou bon peyi ke Li te bannou an.
DEU 8:11 Veye pou nou pa bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a.
DEU 8:12 Otreman, lè nou te manje e satisfè, e fin bati bon kay pou nou viv nan yo,
DEU 8:13 epi lè twoupo nou avèk bann mouton nou yo vin miltipliye, ajan avèk lò nou yo vin anpil, e tout sa nou posede vin miltipliye,
DEU 8:14 alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
DEU 8:15 Li te mennen nou nan gran dezè tèrib sa a, avèk sèpan pwazon ak eskòpyon, ak tè swaf kote ki pa t gen dlo. Li te fè dlo sòti pou nou nan wòch silèks la.
DEU 8:16 Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb, e pou Li te kapab fè nou pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou.
DEU 8:17 Otreman, nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.”
DEU 8:18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.
DEU 8:19 Li va rive ke si nou bliye SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv lòt dye yo pou adore yo, Mwen ap fè temwayaj kont nou jodi a menm, ke anverite nou va peri.
DEU 8:20 Jan nasyon ke SENYÈ a ap fè peri devan nou yo, konsa nou va peri, akoz ke nou pa t koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an.”
DEU 9:1 “Koute O Israël! Nou travèse lòtbò Jourdain an jodi a pou antre nan peyi a, e pou deplase nasyon ki pi gran e pi pwisan ke nou yo; gran vil yo byen fòtifye jis rive nan syèl yo.
DEU 9:2 Yon pèp ki gran e wo, fis a Anak yo jeyan yo, ke nou konnen e te tande yo di: ‘Kilès ki kab kanpe devan fis Anak yo?’
DEU 9:3 Pou sa, konnen ke jodi a, se SENYÈ a, Bondye nou an, ki ap travèse devan nou tankou yon dife devoran. Li va detwi yo e Li va donte yo devan nou pou nou kapab chase yo sòti e detwi yo byen vit, jis jan ke SENYÈ a te pale nou an.
DEU 9:4 “Pa di nan kè nou, lè SENYÈ a, Bondye nou an, fin chase yo deyò devan nou, ‘Se akoz ladwati mwen, SENYÈ a te mennen mwen antre pou posede peyi sa a.’ Paske se akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a ap fè yo deplase devan nou.
DEU 9:5 Se pa akoz ladwati nou, ni kè dwat nou, ki fè nou ap vin posede peyi a, men akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap chase yo devan nou, e pou konfime pawòl la ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob.
DEU 9:6 “Pou sa, byen konnen ke se pa akoz ladwati nou ke SENYÈ a ap bannou bon peyi sa a pou posede, paske nou se yon pèp tèt di.
DEU 9:7 “Sonje, pa bliye jan nou te pwovoke SENYÈ a, Bondye nou an, a lakòlè nan dezè a. Depi jou ke nou te kite peyi Égypte la jiskaske lè nou te rive nan kote sa a, nou tap fè rebèl kont SENYÈ a.
DEU 9:8 Menm nan Horeb, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè. SENYÈ a te tèlman fache avèk nou ke Li te prèt pou detwi nou.
DEU 9:9 “Lè mwen te monte nan mòn nan pou resevwa tablo wòch yo, tablo akò ke SENYÈ a te fè avèk nou an, alò, mwen te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit. Mwen pa t manje pen ni bwè dlo.
DEU 9:10 SENYÈ a te ban mwen de tab wòch ki te ekri ak dwèt Bondye. Sou yo te tout pawòl ke SENYÈ a te pale avèk nou nan mòn nan, nan mitan dife a nan jou asanble a.
DEU 9:11 “Li te vin rive nan fen karant jou ak karant nwit yo, ke SENYÈ a te ban mwen de tablo wòch, tab akò yo.
DEU 9:12 Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, desann soti isit la byen vit, paske pèp ou a ke nou te fè sòti an Égypte la te vin konwonpi. Yo te vire akote chemen ke Mwen te kòmande a. Yo te fè yon imaj fonn pou kont yo!’
DEU 9:13 “SENYÈ a te pale plis avè m e te di: ‘Mwen te wè pèp sa a, vrèman, li se yon pèp ki di.
DEU 9:14 Kite Mwen sèl pou M kapab detwi yo, e efase non yo soti anba syèl la; Mwen va fè a ou menm yon nasyon pi pwisan e pi gran ke yo.’
DEU 9:15 “Epi mwen te vire desann mòn nan pandan mòn nan t ap brile avèk dife a, ak de tab akò yo nan de men m yo.
DEU 9:16 Epi konsa, mwen te wè ke vrèman, nou te peche kont SENYÈ a Bondye nou an. Nou te fè pou nou menm yon ti bèf fonn. Nou te vire detounen byen vit kite chemen ke SENYÈ a te kòmande nou an.
DEU 9:17 Mwen te pran de tab sa yo; mwen te jete yo sòti nan men m, e te kraze yo devan zye nou.
DEU 9:18 “Mwen te tonbe ba devan SENYÈ a, yon fwa ankò. Pandan karant jou ak karant nwit mwen pa t manje pen ni bwè dlo akoz tout peche ke nou te fè nan fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, pou pwovoke Li a lakòlè.
DEU 9:19 Paske Mwen te pè lakòlè ak chalè mekontantman avèk sila SENYÈ a te fache kont nou pou L te kapab detwi nou an. Men SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou.
DEU 9:20 “SENYÈ a te ase fache avèk Aaron pou detwi li. Konsa, mwen te priye anplis pou Aaron nan menm lè sa a.
DEU 9:21 “Mwen te pran peche nou an, ti bèf ke nou te fè a, e mwen te brile li avèk dife. Mwen te kraze li fen jiskaske li te vin tankou poud, epi mwen te jete poud li nan ti flèv dlo ki te pase desann nan mòn nan.
DEU 9:22 “Ankò, nan Tabeéra, nan Massa, ak nan Kibroth-Hattaava, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè.
DEU 9:23 Lè SENYÈ a te voye nou soti Kadés-Barnéa, Li te di: ‘Ale monte pou posede tè ke mwen te bannou an.’ Men nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa t kwè Li, ni koute vwa Li.
DEU 9:24 Nou te fè rebèl kont SENYÈ a depi jou ke m te konnen nou an.
DEU 9:25 “Konsa, mwen te vin tonbe devan SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit, ke m te tonbe a, akoz SENYÈ a te di Li t ap detwi nou.
DEU 9:26 Mwen te priye a SENYÈ a e mwen te di: ‘O SENYÈ a, pa detwi pèp Ou a, eritaj Ou menm nan, ke Ou te peye ranson selon grandè Ou, pou Ou te mennen sòti an Égypte avèk yon men pwisan.
DEU 9:27 “Sonje sèvitè Ou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob. Pa gade rebelyon a pèp sila a, ni sou mechanste yo oswa peche yo.
DEU 9:28 Otreman, peyi kote Ou te mennen nou sòti a, kapab di: ‘Akoz SENYÈ a pa t kapab mennen yo antre nan peyi ke Li te pwomèt yo a, e akoz Li te rayi yo, Li te mennen yo deyò pou touye yo nan dezè a.’
DEU 9:29 Men se pèp Ou yo ye, eritaj Ou menm, ke Ou te mennen sòti pa gran pouvwa avèk bra lonje.”
DEU 10:1 “Nan tan sa a, SENYÈ a te di mwen: ‘Taye fòme pou kont ou de tab wòch tankou premye yo, monte kote Mwen sou mòn nan, e fè yon lach an bwa pou kont ou.
DEU 10:2 Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’
DEU 10:3 “Konsa, mwen te fè yon lach avèk bwa akasya e mwen te taye de tab wòch tankou premye yo, e mwen te monte sou mòn nan avèk de tab yo nan men m.
DEU 10:4 Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, Dis Kòmanman ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo.
DEU 10:5 Konsa, mwen te vire desann kite mòn nan. Mwen te mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.”
DEU 10:6 (Alò, fis Israël yo te kite Beéroth-Bene-Jaakan pou rive Moséra. La Aaron te mouri, la li te antere, e fis li a, Éléazar te fè sèvis prèt nan plas li.
DEU 10:7 Soti la, yo te pati pou Gudgoda e soti Gudgoda a Jothbatha, yon peyi avèk anpil ti flèv dlo.
DEU 10:8 Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.
DEU 10:9 Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a.
DEU 10:10 “Mwen anplis te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit tankou premye fwa a; epi SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. SENYÈ a pa t dakò detwi nou.
DEU 10:11 Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’
DEU 10:12 “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou,
DEU 10:13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.
DEU 10:14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann.
DEU 10:15 Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm.
DEU 10:16 Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.
DEU 10:17 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.
DEU 10:18 Li fè jistis pou òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad.
DEU 10:19 Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.
DEU 10:20 “Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. Kole kote Li, e nou va sèmante pa non pa Li.
DEU 10:21 Se Li menm ki lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè.
DEU 10:22 Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.
DEU 11:1 “Pou sa, nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va toujou kenbe lòd Li, lwa Li yo, ak règleman Li yo, avèk kòmandman Li yo.
DEU 11:2 Byen konnen nan jou sa a, ke Mwen p ap pale avèk fis nou yo ki potko konnen e ki potko wè chatiman SENYÈ a, Bondye nou an,—grandè Li, men pwisans Li ak bra lonje Li a,
DEU 11:3 epi sign Li yo avèk zèv Li yo ke Li te fè nan mitan Égypte a Farawon an, wa Égypte la, e a tout peyi li a;
DEU 11:4 ak sa Li te fè a lame Égypte la, a cheval li yo avèk cha li yo, lè Li te fè dlo Lamè Wouj la kouvri yo pandan yo t ap kouri dèyè nou, e SENYÈ a te detwi yo nèt, jiska jou sa a;
DEU 11:5 epi sa Li te fè a nou menm nan dezè a jiskaske nou te rive nan kote sa a;
DEU 11:6 epi sa Li te fè aDathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, fis a Ruben, lè tè a te ouvri bouch li, pou te vale yo, tout moun lakay yo, tant yo, ak tout bagay vivan nan tout Israël ki te swiv yo——
DEU 11:7 konsa, se pwòp zye pa nou ki te wè tout gran zèv ke SENYÈ a te fè yo.
DEU 11:8 “Pou sa, nou va kenbe tout kòmandman ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou kapab gen fòs pou antre e posede peyi a nan sila nou prèt pou travèse pran an;
DEU 11:9 jis pou jou nou yo kapab vin pi plis nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou ba yo ak desandan pa yo, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
DEU 11:10 Paske peyi kote nou ap antre pou posede a, se pa tankou peyi Égypte la, kote nou sòti a, kote nou te konn plante semans nou e wouze li avèk pye nou tankou yon jaden legim.
DEU 11:11 Men peyi kote nou prèt pou travèse pran an, yon peyi avèk ti mòn ak vale, k ap bwè dlo ki sòti nan lapli syèl la,
DEU 11:12 yon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, renmen anpil. Zye a SENYÈ a, Bondye nou an, toujou sou li, soti nan kòmansman jis rive nan fen ane a.
DEU 11:13 “Li va vin rive ke si nou koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou,
DEU 11:14 ke Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil.
DEU 11:15 Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e nou va manje e va satisfè.
DEU 11:16 “Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo.
DEU 11:17 Sinon, lakòlè SENYÈ a va limen kont nou, epi Li va fèmen syèl yo pou pa gen lapli, e tè a p ap donnen fwi li. Konsa, nou va peri vit soti nan bon peyi ke SENYÈ a ap bannou an.
DEU 11:18 Pou sa, nou va tache pawòl sa yo sou kè nou ak sou nanm nou. Nou va mare yo tankou yon sign sou men nou e yo va tankou très cheve nan fwon nou.
DEU 11:19 Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve.
DEU 11:20 Nou va ekri yo nan poto chanbrann lakay nou ak sou pòtay nou yo,
DEU 11:21 jis pou jou nou yo avèk jou a fis nou yo kapab vin miltipliye nan peyi kote SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bay yo, toutotan syèl yo ap rete sou tè a.
DEU 11:22 “Paske si nou fè atansyon pou kenbe tout kòmandman sa yo ke mwen ap kòmande nou pou fè yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan tout chemen Li yo e kenbe fèm a Li,
DEU 11:23 alò, SENYÈ a va chase tout nasyon yo soti devan nou; epi nou va deplase nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo.
DEU 11:24 Nenpòt kote ke pye nou pile va vin pou nou; lizyè nou va soti nan dezè a pou jis rive Liban, soti nan rivyè a, Rivyè Euphrate la, pou jis rive nan lanmè lwès la.
DEU 11:25 P ap gen pèsòn ki kapab kanpe devan nou. SENYÈ a, Bondye nou an, va mete gwo panik de nou ak laperèz nou sou tout peyi kote nou foule pye nou yo, jan Li te deja pale nou an.
DEU 11:26 “Gade, mwen ap mete devan nou jodi a yon benediksyon avèk yon malediksyon;
DEU 11:27 Benediksyon an si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an ke mwen kòmande nou jodi a;
DEU 11:28 epi malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo.
DEU 11:29 “Li va rive, ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi kote n ap antre posede a, ke nou va plase benediksyon an nan mòn Garizim nan e malediksyon an nan mòn Ebal la.
DEU 11:30 Èske yo pa anfas Jourdain an, vè lwès, vè solèy kouche a, nan peyi Kanaaneyen ki rete Araba yo, anfas Guilgal, akote chenn Moré yo.
DEU 11:31 Paske nou prèt pou travèse Jourdain an pou antre posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, e nou va posede li pou viv ladann.
DEU 11:32 Nou va fè atansyon pou fè tout sa lalwa avèk jijman ke mwen ap mete devan nou jodi a.
DEU 12:1 “Sa yo se lwa avèk jijman ke nou va swiv avèk atansyon nan peyi ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou pou posede pandan tout tan ke n ap viv sou tè a.
DEU 12:2 “Nou va detwi nèt tout kote ke nasyon yo mete dye pa yo pou sèvi yo; sou mòn wo yo, sou ti mòn yo ak anba tout pyebwa yo.
DEU 12:3 Nou va chire lotèl yo, e kraze pilye sakre yo, e brile poto Asherim nan avèk dife. Nou va koupe imaj taye a dye pa yo, e nou va fè disparèt tout tras non yo nan kote sila yo.
DEU 12:4 “Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 12:5 Men nou va chache kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi sou tout tribi nou yo, pou etabli non Li a tankou kote pou L ta rete, e la, nou va vini.
DEU 12:6 La, nou va mennen ofrann brile nou yo, sakrifis nou yo, dim nou yo, don ki sòti nan men nou yo, ofrann ve yo, ofrann bòn volonte yo, avèk premye ne nan twoupo nou yo ak nan bann mouton nou yo.
DEU 12:7 La osi, nou menm avèk lakay nou va manje devan SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, nou va rejwi nan tout sa nou te antreprann nan, nou avèk lakay nou yo, nan sila SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.
DEU 12:8 “Nou p ap fè menm sa ke n ap fè isit la jodi a, konsi tout moun ap fè sa ki bon nan pwòp zye li;
DEU 12:9 paske nou poko rive nan plas repo ak eritaj ke SENYÈ a ap bannou an.
DEU 12:10 “Lè nou travèse Jourdain an pou viv nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la; epi Li bannou repo sou tout lènmi ki antoure nou yo pou nou viv ansekirite,
DEU 12:11 alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.
DEU 12:12 “Epi nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo ak Levit ki anndan pòtay nou yo, akoz ke li pa gen pati ni eritaj pami nou.
DEU 12:13 Fè atansyon pou nou pa ofri ofrann brile tout kote ke nou wè,
DEU 12:14 men kote ke SENYÈ a chwazi nan youn nan tribi nou yo. La, nou va ofri ofrann brile yo, e la, nou va fè tout sa ke mwen kòmande nou yo.
DEU 12:15 “Malgre sa, nou gen dwa touye e manje vyann anndan nenpòt nan pòtay nou yo, nenpòt sa ke nou dezire, selon benediksyon SENYÈ a, Bondye nou an, sa ke Li te bannou. Sila ki pa pwòp, ak sila ki pwòp kapab manje ladann, tankou antilòp la ak sèf la.
DEU 12:16 Sepandan, nou pa pou bwè san an; nou dwe vide li atè tankou dlo.
DEU 12:17 “Nou pa gen dwa manje anndan pòtay nou yo ofrann dim ki sòti nan sereyal yo, ni premye ne nan twoupo ak nan bann mouton nou yo, ni okenn nan ofrann ve yo, ni ofrann bòn volonte nou yo, ni don ki sòti nan men nou yo.
DEU 12:18 Men nou va manje yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a, Bondye nou an va chwazi a, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant lan ak Levit ki anndan pòtay nou yo. Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan tout sa ke nou antreprann.
DEU 12:19 Fè atansyon pou nou pa abandone Levit la pandan tout tan ke nou rete nan Peyi a.
DEU 12:20 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin fè lizyè nou grandi, jan Li te pwomèt nou an, e nou va di: ‘Mwen va manje vyann,’ akoz ke nou vle manje vyann, nou kapab manje vyann, nenpòt sa ke nou pito.
DEU 12:21 Si kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou mete non Li an, twò lwen nou, alò, nou kapab touye nan twoupo nou ak bann mouton nou ke SENYÈ a te bannou yo, jan mwen te kòmande nou an. Konsa, nou kapab manje anndan pòtay nou yo nenpòt sa nou pito.
DEU 12:22 Menm jan ke yon antilòp oswa yon sèf konn sèvi pou manje; konsa, nou va manje li. Moun ki pwòp ni sila ki pa pwòp kapab manje ladann.
DEU 12:23 “Sèlman, fè sèten ke nou pa bwè san an, paske san an se lavi, e nou p ap bwè lavi avèk chè a.
DEU 12:24 Nou p ap bwè li. Nou va vide li atè tankou dlo.
DEU 12:25 Nou p ap bwè li jis pou sa kab ale byen pou nou avèk pitit apre nou yo; paske nou ap fè sa ki bon nan zye SENYÈ a.
DEU 12:26 “Se sèlman bagay ki sen ke nou kapab genyen, ak ofrann ve nou yo, nou va pran pou ale kote ke SENYÈ a chwazi a.
DEU 12:27 Konsa, nou va ofri ofrann brile yo, chè a avèk san an sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an. San sakrifis nou yo va vide sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an, epi nou va manje chè a.
DEU 12:28 “Fè atansyon pou koute tout pawòl sila yo ke mwen kòmande nou, jis pou sa kapab ale byen pou nou ak fis apre nou yo pou tout tan, akoz nou fè sa ki bon e jis nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 12:29 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire devan nou nasyon ke n ap antre deplase yo, epi nou deplase yo e rete nan peyi pa yo,
DEU 12:30 veye ke nou pa antre nan pèlen e swiv yo lè yo fin detwi devan nou; epi ke nou pa chache a dye pa yo, e mande: ‘Kijan nasyon sa yo sèvi dye pa yo? Konsa, mwen va fè menm jan an?’
DEU 12:31 Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an, paske se tout zèv abominab ke SENYÈ a rayi yo, ke yo kon fè pou dye pa yo. Paske yo konn menm brile pwòp fis ak fi pa yo nan dife dye pa yo.
DEU 12:32 “Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.
DEU 13:1 “Si yon pwofèt, oswa yon moun ki konn fè rèv leve pami nou; si l anonse de nou yon sign oswa yon mèvèy,
DEU 13:2 epi sign oswa mèvèy ke li te pale a vin vrè, konsènan lè li te pale avèk nou an, pou l te di: ‘Annou ale apre lòt dye (ke nou pa t konnen yo); epi annou sèvi yo,’
DEU 13:3 nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap pase nou a leprèv pou wè si nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, e avèk tout nanm nou.
DEU 13:4 “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li.
DEU 13:5 Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou.
DEU 13:6 “Si frè ou a, fis a manman ou a, oswa fis pa w la, oswa fi pa w la, oswa madanm ke nou renmen anpil la, oswa zanmi nou ki tankou pwòp nanm nou an, vin sedwi nou an sekrè pou di: ‘Annou ale sèvi lòt dye yo,’ (ke ni nou menm ni zansèt nou yo, pa t konnen),
DEU 13:7 nan dye pèp ki antoure nou yo, kit li touprè, kit li lwen, soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt pwent lan),
DEU 13:8 nou pa pou dakò avè l, ni koute li. “Ni zye noupa pou fè pitye de li. Nou p ap fè pa li, ni pwoteje li.
DEU 13:9 Men anverite, nou va touye li. Men ou va premye itilize pou mete li a lanmò, epi apre, men a tout pèp la.
DEU 13:10 Konsa, nou va lapide li ak kout wòch jiska lanmò, akoz li te chache sedwi nou pou kite SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
DEU 13:11 Konsa, tout Israël va tande pou vin gen lakrent; epi pèsòn pami nou p ap janm fè yon bagay mechan konsa ankò.
DEU 13:12 “Si nou tande de youn nan vil ke SENYÈ a ap bannou pou viv ladann yo,
DEU 13:13 ke kèk sanzave te sòti pami nou pou te sedwi abitan a vil pa yo, e te di: ‘Annou ale sèvi lòt dye’ (ke nou pa t janm konnen yo),
DEU 13:14 alò, nou va fè ankèt pou byen chache. “Si se vrè, zafè a vin etabli ke abominasyon te fèt pami nou,
DEU 13:15 nou va, vrèman, frape sila ki viv nan vil sa a avèk lam nepe. Nou va detwi li nèt avèk tout sa ki ladan l, ni bèt li yo avèk lam nepe.
DEU 13:16 Konsa, nou va ranmase tout byen ki sezi nan mitan lari li, epi brile vil la avèk tout byen li avèk dife, kòm yon ofrann brile konplè bay SENYÈ a, Bondye nou an. Li va rete yon pil mazi jis pou tout tan. Li p ap janm rebati.
DEU 13:17 “Anyen nan zafè entèdi sa a p ap kole nan men nou, pou SENYÈ a kapab detounen nan kòlè Li k ap brile a, epi montre mizerikòd anvè nou, gen konpasyon pou nou, e fè nou vin miltipliye jan Li te sèmante a zansèt nou yo,
DEU 13:18 si nou va koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, e kenbe tout kòmandman Li yo ke mwen ap kòmande nou jodi a; epi fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 14:1 “Nou se fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò.
DEU 14:2 Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a te chwazi ou kòm yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, sòti nan tout pèp ki sou sifas tè a.
DEU 14:3 “Nou pa pou manje okenn bagay abominab.
DEU 14:4 Sila yo se bèt ke nou kapab manje: bèf, mouton, kabrit,
DEU 14:5 Sèf, kabrit mawon, den, bèf mawon, boukten, antilòp, ak mouton mòn.
DEU 14:6 Nenpòt bèt ak zago divize ki remonte manje li pami tout bèt yo, sila nou kapab manje.
DEU 14:7 “Sepandan, pami sila ki remonte manje yo, oswa sila ki divize zago an de yo: chamo, lapèn ak daman; akoz, malgre yo remonte manje, yo pa divize zago yo, yo pa pwòp pou nou.
DEU 14:8 Kochon, paske li divize zago a, men pa remonte manje, li pa pwòp pou nou. Nou pa pou manje anyen nan chè li, ni touche kò mouri yo.
DEU 14:9 “Sila nou kapab manje nan tout sa ki nan dlo yo: Nou ka manje nenpòt sa ki gen zèl naje avèk kal,
DEU 14:10 men okenn nan yo ki pa gen zèl naje avèk kal, nou pa pou manje yo; se pa pwòp pou nou.
DEU 14:11 “Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp.
DEU 14:12 Men sila ke nou pa pou manje yo: èg, lòfre ak malfini lanmè,
DEU 14:13 milan wouj, otou, votou ak tout kalite parèy yo,
DEU 14:14 kòbo ak tout kalite parèy yo,
DEU 14:15 otrich, ibou, poul dlo, ak malfini avèk tout kalite parèy yo,
DEU 14:16 koukou, frize, gwo kana mawon blan,
DEU 14:17 grangozye, plonjon, chwèt,
DEU 14:18 sigòy, krabye, ak kalite parèy yo, sèpantye, tchotcho ak chòv-souri.
DEU 14:19 “Tout reptil avèk zèl pa pwòp pou nou. Yo pa pou manje.
DEU 14:20 Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp.
DEU 14:21 “Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.
DEU 14:22 “Chak ane, nou va, anverite, bay ladim nan tout pwodwi a sila ke nou plante yo, ki sòti nan chan.
DEU 14:23 Nou va manje nan prezans SENYÈ a, kote Li chwazi pou etabli non Li an, dim a sereyal nou, a diven nèf nou, a lwil nou, premye ne a twoupo nou ak bann mouton nou, pou nou kapab vin aprann krent SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan.
DEU 14:24 “Si distans lan tèlman gran pou nou, pou nou pa kapab pote yon dim, akoz kote SENYÈ Bondye nou an chwazi pou mete non Li an twò lwen nou, lè SENYÈ Bondye nou an, beni nou,
DEU 14:25 alò, nou va twoke li pou lajan; epi mare lajan an nan men nou pou ale kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a.
DEU 14:26 Nou kapab depanse lajan an pou nenpòt sa ke kè nou dezire: pou bèf kabwèt, oswa mouton, oswa diven, oswa bwason ki fò, oswa nenpòt sa kè nou dezire; epi la, nou va manje nan prezans SENYÈ a, Bondye nou an; epi rejwi nou menm avèk tout lakay nou.
DEU 14:27 Osi, nou p ap neglije Levit ki nan vil nou an, paske li pa gen pati ni eritaj pami nou.
DEU 14:28 “Nan fen chak twazyèm ane, nou va pote tout dim a sila nou pwodwi pou ane sa a, e nou va depoze li nan pwòp vil pa nou an.
DEU 14:29 Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.
DEU 15:1 “Nan fen chak sèt ane, nou va bay yon remisyon pou dèt yo.
DEU 15:2 Se konsa remisyon an va ye: tout moun ki prete yon moun yo va bliye sa ke li te prete vwazen li an. Li pa pou egzije li a vwazen li ni frè li, akoz remisyon an te pwoklame.
DEU 15:3 “A yon etranje, nou gen dwa egzije li; men nou va bliye nenpòt sa ki pou nou avèk frè nou.
DEU 15:4 Sepandan, p ap gen malere pami nou, (akoz SENYÈ a va, anverite, beni nou nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm yon eritaj pou posede)
DEU 15:5 si sèlman ou koute avèk obeyisans a vwa SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv avèk atansyon tout kòmandman sila ke mwen ap kòmande nou jodi a.
DEU 15:6 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou jan Li te pwomèt nou an. Nou va prete a anpil nasyon, men nou p ap prete nan men yo. Nou va domine sou anpil nasyon, men yo p ap domine sou nou.
DEU 15:7 “Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a.
DEU 15:8 Men nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke.
DEU 15:9 “Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou.
DEU 15:10 Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.
DEU 15:11 “Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’
DEU 15:12 “Si moun peyi parèy nou yo, yon Ebre, gason oswa fanm, vann a nou menm, alò, li va sèvi nou pandan sis ane, men nan setyèm ane a, nou va ba li libète.
DEU 15:13 Lè nou lage li, nou p ap voye li ale men vid.
DEU 15:14 Nou va byen founi li soti nan bann mouton an, rekòlt jaden ak nan sitèn diven an. Nou va ba li jan SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.
DEU 15:15 Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou. Pou sa, mwen kòmande nou sa, jodi a.
DEU 15:16 “Li va vin rive ke si li di nou: “Mwen p ap sòti kite nou,” paske li renmen nou avèk tout lakay nou, akoz ke sa mache byen pou li avèk nou;
DEU 15:17 alò, nou va pran yon pik byen file pou pèse zòrèy li nèt antre nan poto pòt la, epi li va sèvitè nou nèt. Osi, nou va fè menm bagay la avèk sèvant yo.
DEU 15:18 Li p ap sanble li difisil pou nou lè nou lage li, paske li te bannou sis ane nan doub sèvis yon anplwaye. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan nenpòt sa nou fè.
DEU 15:19 “Nou va konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, tout mal premye ne ki fèt nan twoupo oswa bann mouton nou yo. Nou p ap travay avèk premye ne nan twoupo nou, ni taye lenn nan premye ne nan bann mouton an.
DEU 15:20 Nou avèk tout lakay nou va manje li chak ane devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan kote ke SENYÈ a chwazi a.
DEU 15:21 “Men si li gen yon defo, tankou bwate, avèg, oswa nenpòt gwo defo, nou pa pou fè sakrifis li bay SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 15:22 Nou va manje li anndan pòtay nou yo. Pa pwòp la avèk pwòp la menm jan an, tankou yon kabrit mawon oswa yon sèf.
DEU 15:23 Sèlman, nou p ap bwè san li. Nou dwe vide li atè tankou dlo.
DEU 16:1 “Obsève mwa Abib lan pou selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib lan, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan.
DEU 16:2 Nou va fè sakrifis Pak a SENYÈ a, Bondye nou an, soti nan bann mouton avèk twoupo a, kote SENYÈ a chwazi pou etabli non Li an.
DEU 16:3 “Nou p ap manje pen ak ledven avè l. Sèt jou, nou va manje nan li pen san ledven, pen afliksyon an (paske nou te sòti nan peyi Égypte la prese prese), pou nou kab sonje tout jou sa a tout lavi nou, jou ke nou te sòti nan peyi Égypte la.
DEU 16:4 Pandan sèt jou, p ap gen ledven k ap parèt pami nou nan tout tèritwa nou yo; ni okenn nan chè ke nou sakrifye nan aswè premye jou a, p ap rete tout nwit lan pou rive maten.
DEU 16:5 “Nou pa kapab fè sakrifis Pak la nan nenpòt nan vil ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo,
DEU 16:6 men kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an, nou va fè sakrifis Pak la nan aswè, nan lè solèy kouche, nan menm lè jou ke nou te sòti an Égypte la.
DEU 16:7 Nou va kwit e manje li nan plas ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi a. Nan maten, nou va retounen nan tant yo.
DEU 16:8 Sis jou, nou va manje pen san ledven an. Konsa, nan setyèm jou a, va genyen yon konvokasyon solanèl a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay nan li.
DEU 16:9 “Nou va kontwole sèt semèn pou kont nou. Nou va kòmanse konte sèt semèn yo soti nan lè nou kòmanse mete kouto nan grenn sereyal la.
DEU 16:10 Epi nou va selebre Fèt Semèn a SENYÈ yo, Bondye nou an, avèk don a yon ofrann bòn volonte nan men nou, ke nou va bay selon jan SENYÈ a beni nou.
DEU 16:11 Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè avèk sèvant nou yo, Levit ki nan vil nou an, e etranje avèk òfelen ak vèv ki nan mitan nou yo, nan kote ke SENYÈ Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an.
DEU 16:12 Nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e nou va fè atansyon pou obsève tout lwa sa yo.
DEU 16:13 “Nou va selebre Fèt Tonèl yo sèt jou apre nou fin fè antre, tout grenn jaden ak sitèn diven an.
DEU 16:14 Nou va rejwi nan fèt nou, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo, Levit la ak etranje a, òfelen ak vèv ki nan vil nou yo.
DEU 16:15 Sèt jou, nou va selebre yon fèt a SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a chwazi a, akoz SENYÈ Bondye nou an, va beni nou nan rekòlt nou yo ak nan tout travay men nou yo, pou nou kab vin ranpli nèt avèk jwa.
DEU 16:16 “Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid.
DEU 16:17 Chak moun va bay jan li kapab, selon benediksyon SENYÈ a, te bannou an.
DEU 16:18 “Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat.
DEU 16:19 Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo.
DEU 16:20 Lajistis e se sèl lajistis nou va swiv, pou nou kapab viv e posede peyi ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou an.
DEU 16:21 “Nou pa pou plante pou kont nou yon Ashera, ni okenn kalite pyebwa akote lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, ke nou va fè pou tèt nou.
DEU 16:22 Nou pa pou etabli pou kont nou okenn wòch sakre ke SENYÈ Bondye nou an, rayi.
DEU 17:1 “Nou p ap fè sakrifis a SENYÈ Bondye nou an, ni bèf, ni mouton ki gen fot oswa okenn defo; paske sa se yon bagay abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 17:2 “Si sa twouve nan mitan nou, nan okenn vil nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, yon nonm oswa yon fanm ki fè sa ki mal nan zye SENYÈ Bondye nou an, nan transgrese akò Li a,
DEU 17:3 epi te ale sèvi lòt dye yo pou adore yo, kit se solèy la, lalin nan, oswa nenpòt nan lame syèl la, ke mwen pa te kòmande,
DEU 17:4 epi si yo di nou sa, e nou te tande sa, alò, nou va fè yon ankèt avèk dilijans. Veye byen, epi si se vre, e se sèten ke bagay abominab sila a te fèt an Israël,
DEU 17:5 alò, nou va mennen nonm sa a oswa fanm sa a ki te fè zak mechan sa a nan pòtay nou yo, e nou va lapide li ak kout wòch jiskaske li mouri.
DEU 17:6 “Sou temwayaj a de temwen oswa twa temwen, sila ki dwe mouri an, va vin mete a lanmò. Li p ap mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen.
DEU 17:7 Se men a temwen yo k ap premye kont li pou mete li a lanmò; epi apre, se men a tout pèp la. Konsa nou va netwaye mechanste a soti nan mitan ou.
DEU 17:8 “Si yon ka twò difisil pou nou deside, pa egzanp, a nivo touye moun, oswa yon lòt nivo, oswa yon kalite pwosè ak yon lòt, oswa antre blese moun ak yon lòt; alò, nou va mennen yo kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a.
DEU 17:9 “Konsa, nou va rive kote prèt Levit la ki se chèf la nan jou sa yo, nou va mande yo, e yo va deklare jijman sou ka a.
DEU 17:10 Nou va konfòme avèk tèm a jijman sila ke yo te deklare a nou menm soti kote ke SENYÈ a chwazi a. Nou va fè atansyon pou obsève tout sa ke yo enstwi nou.
DEU 17:11 Selon tèm lalwa ke yo enstwi nou yo, e selon desizyon ke yo di nou, nou va fè yo. Nou pa pou vire akote pawòl ke yo deklare a nou menm yo, ni adwat, ni agoch.
DEU 17:12 “Nonm nan ki aji avèk ògèy e ki pa koute prèt la ki kanpe la a pou sèvi SENYÈ Bondye nou an, ni jij la, nonm sila a va mouri. Se konsa, nou va retire mal sa a soti an Israël.
DEU 17:13 Epi tout pèp la va tande, pou gen krentif, e yo p ap aji avèk ògèy ankò.
DEU 17:14 “Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, bannou an pou posede, e nou viv ladann, nou va di: ‘Annou mete yon wa sou nou tankou tout nasyon ki antoure nou yo’.
DEU 17:15 Nou va, anverite, mete yon wa ke SENYÈ a chwazi sou nou, youn ki soti nan sitwayen parèy nou yo, nou va mete l kòm wa sou nou. “Nou pa kapab mete yon etranje sou nou menm, ki pa sitwayen parèy nou.
DEU 17:16 Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval; akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’
DEU 17:17 Li p ap pran anpil fanm; sinon, kè li va detounen. Ni li p ap ranmase anpil ajan avèk lò pou tèt li.
DEU 17:18 “Alò, li va rive ke lè li chita sou twòn wayòm li an, li va ekri pou tèt li yon kopi de lwa sila a sou yon woulo papye, nan prezans prèt Levit yo.
DEU 17:19 Li va rete avèk li, e li va li li pandan tout jou lavi li, pou li kapab aprann gen krent SENYÈ a, Bondye li a, pou l swiv avèk atansyon tout pawòl lwa sa a, ak règleman sila yo, pou fè yo;
DEU 17:20 e pou li pa konsidere tèt li pi bon ke Izrayelit parèy li yo, e ke li pa detounen de kòmandman an, ni adwat, ni agoch, dekwa ke li menm avèk fis li yo kapab dire anpil tan nan wayòm li a nan mitan Israël.
DEU 18:1 “Prèt Levit yo, tout tribi Lévi a, pa pou gen pati oswa eritaj avèk Israël. Yo va manje ofrann pa dife SENYÈ a ki se pati pa Li.
DEU 18:2 Yo pa pou gen eritaj pami Izrayelit parèy yo. SENYÈ a se eritaj pa yo, jan Li te pwomèt yo a.
DEU 18:3 “Men sa va dwa prèt yo ke moun yo dwe fè, ki soti nan sila ki ofri an sakrifis yo, kit yon bèf, oswa yon mouton; ladann, yo va bay prèt la zepòl la avèk de machwè yo, ak tout vant lan.
DEU 18:4 Nou va ba li premye fwi a sereyal yo, diven nèf nou, lwil nou, ak premye lenn mouton nou yo.
DEU 18:5 Paske SENYÈ a te chwazi li ak fis li yo pami tout tribi nou yo pou kanpe e sèvi nan non SENYÈ a jis pou tout tan.
DEU 18:6 “Alò, si yon Levit sòti nan youn nan vil nou yo atravè tout Israël kote li rete a, e li vini nenpòt lè li vle kote ke SENYÈ a chwazi a,
DEU 18:7 alò, li va sèvi nan non SENYÈ a, Bondye li a, tankou tout Levit parèy li yo ki kanpe la devan SENYÈ a.
DEU 18:8 Li dwe gen pòsyon egal nan benefis pa yo a, menmlè li te resevwa nan kòb vant posesyon fanmi an.
DEU 18:9 “Lè nou antre nan tè ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an, nou p ap aprann imite bagay abominab a nasyon sa yo.
DEU 18:10 Pa kite yo jwenn okenn pami nou ki sakrifye fis yo oswa fi yo nan dife, youn pami nou ki pratike divinasyon ak maji, ki fè entèpretasyon sign, oswa youn pami nou ki fè wanga,
DEU 18:11 ni youn pami nou ki fè cham, k ap prale nan tab tounant, moun k ap rele lespri yo vin parèt, ni youn pami nou ki rele mò yo monte.
DEU 18:12 Paske nenpòt moun ki fè bagay sa yo abominab a SENYÈ a. Akoz bagay abominab sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, va chase yo sòti devan nou.
DEU 18:13 “Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 18:14 “Paske nasyon sa yo ke nou va deplase yo, koute konsèy a sila ki pratike maji ak sila ki fè divinasyon yo; men pou nou, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t pèmèt ke nou fè sa.
DEU 18:15 SENYÈ Bondye nou an, va fè leve nan mitan nou yon pwofèt tankou mwen, pami Izrayelit parèy nou yo, nou va koute li.
DEU 18:16 Paske se sa nou te mande SENYÈ a, Bondye nou an, nan mòn Horeb nan jou asanble a, e nou te di: ‘Annou pa tande ankò vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, annou pa wè gran dife sa a ankò, oswa nou va mouri.’
DEU 18:17 “SENYÈ a te di mwen: ‘Yo te pale byen.
DEU 18:18 “‘Mwen va fè leve yon pwofèt soti nan mitan Izrayelit parèy yo tankou ou, Mwen va mete pawòl Mwen nan bouch li, e li va pale avèk yo tout sa ke Mwen kòmande li.
DEU 18:19 Li va vin rive ke nenpòt moun ki pa koute pawòl Mwen yo ke li va pale nan non Mwen, Mwen Menm, Mwen va egzije sa de li menm.
DEU 18:20 Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’
DEU 18:21 “Nou kapab di nan kè nou: ‘Kijan nou va konnen pawòl ke SENYÈ a pa t pale?’
DEU 18:22 Lè yon pwofèt pale nan non SENYÈ a, si bagay la pa fèt, oswa pa rive vre, se bagay sa ke SENYÈ a pa t pale a. Pwofèt la te pale li avèk awogans. Nou pa pou pè li.
DEU 19:1 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire nasyon yo, pou bannou tè pa yo a, pou nou deplase yo pou nou vin rete nan vil yo ak nan kay yo,
DEU 19:2 “Nou va mete akote twa vil pou nou menm nan mitan peyi nou an, ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou pou posede a.
DEU 19:3 Nou va prepare wout pou nou menm, e divize an twa pati tèritwa a peyi ke SENYÈ a va bannou kòm posesyon an, jis pou nenpòt moun ki touye moun kapab sove ale ladann.
DEU 19:4 “Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: Lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan——
DEU 19:5 tankou lè yon nonm antre nan forè avèk zanmi li pou koupe bwa, epi men li voye rach la pou koupe bwa a, fè tèt fè a vin pati pou l frape zanmi li an, e li mouri—-li kapab sove ale nan youn nan vil sa yo pou viv.
DEU 19:6 Otreman, vanjè san an ta petèt kouri dèyè sila ki touye moun nan, epi nan chalè kòlè li, rankontre l akoz distans lan twòp, e pran lavi li, malgre li pa t merite mouri, akoz ke li pa t rayi li avan.
DEU 19:7 Pou sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va mete apa twa vil pou nou menm.’
DEU 19:8 “Si SENYÈ, Bondye nou an, fè tèritwa nou an vin pi gran, jan li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou tout tè ke li te pwomèt pou bay zansèt nou yo;
DEU 19:9 epi si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sa ke mwen kòmande nou jodi a yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e mache nan vwa pa Li pou tout tan—-alò, nou va ogmante anplis twa vil ankò pou nou menm.
DEU 19:10 Jis pou san inosan pa vèse nan mitan tèritwa nou an, ke SENYÈ a bannou kòm eritaj la, e pou koupabilite san an pa vin rete sou nou.
DEU 19:11 “Men si vin gen yon nonm ki rayi vwazen li, li kouche an kachèt pou li, li leve kont li pou frape li jiskaske li vin mouri, e li sove ale rive nan youn nan vil sa yo,
DEU 19:12 alò, ansyen nan vil li yo va voye pran li soti la. Konsa, yo va livre li nan men vanjè san an, pou li kapab mouri.
DEU 19:13 Nou pa pou gen pitye pou li, men nou gen pou fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou.
DEU 19:14 “Nou pa pou deplase lizyè tè vwazen nou, ke zansèt yo te etabli kòm eritaj nou ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou pou posede.
DEU 19:15 “Yon sèl temwen pa kapab leve kont yon moun sou koz nenpòt inikite oswa peche ke li te fè. Sou temwayaj a de oswa twa temwen, yo kapab konfime yon ka.
DEU 19:16 “Si yon temwen malveyan leve kont yon nonm pou akize li kòm malfektè,
DEU 19:17 alò, tou de moun ki gen dispit yo, va kanpe devan SENYÈ a, devan prèt avèk jij ki ofisye nan jou sa yo.
DEU 19:18 “Jij yo va fè ankèt konplè; epi si temwayaj la se yon fo temwayaj, e li te fè fo temwayaj kont frè l,
DEU 19:19 alò, nou va fè li menm bagay ke li t ap fè rive a frè li a. Konsa, nou va netwaye mechanste fèt pami pèp nou an.
DEU 19:20 Lòt yo va tande, vin gen krentif, e yo p ap janm fè ankò yon bagay mechan konsa pami nou.
DEU 19:21 Konsa, zye nou p ap gen pitye: vi pou vi, zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.
DEU 20:1 “Lè nou ale fè batay kont lènmi nou yo, nou wè cheval avèk cha ak pèp ki plis pase nou, pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Égypte la, avèk nou.
DEU 20:2 Lè nou ap pwoche batay la, prèt la va pwoche pou pale avèk pèp la.
DEU 20:3 Li va di yo: ‘Tande O Israël, n ap pwoche batay la kont lènmi nou yo jodi a. Pa fè kè sote. Pa pè, ni pa sezi, ni tranble devan yo,
DEU 20:4 paske se SENYÈ a, Bondye nou an, ki prale avèk nou, pou goumen pou nou kont lènmi nou yo, pou sove nou.’
DEU 20:5 “Ofisye militè yo, osi, va pale avèk pèp la, e di: ‘Se kilès nan mesye yo ki te bati yon kay tounèf e ki poko etabli ladann? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kab mouri nan batay la, e yon lòt va vin etabli ladann.
DEU 20:6 Kilès nan mesye yo ki te plante yon chan rezen e ki poko sèvi nan fwi li? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt moun va vin sèvi nan fwi li a.
DEU 20:7 Epi kilès nan mesye yo ki fiyanse a yon fi e ki poko marye avè l? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt mesye kapab vin marye avè l.’
DEU 20:8 “Konsa, ofisye yo va pale plis avèk pèp la pou di: ‘Kilès nan mesye yo ki gen laperèz oswa ki manke gen kouraj? Kite li sòti retounen lakay li pou li pa fè kè frè li yo fann tankou kè pa li.’
DEU 20:9 Lè ofisye yo fin pale ak pèp la, yo va chwazi kòmandan lame yo kòm chèf an tèt pèp la.
DEU 20:10 “Lè nou pwoche yon vil pou goumen kont li, nou va ofri li kondisyon lapè.
DEU 20:11 Si li dakò pou fè lapè avèk nou e louvri pou nou; alò, tout pèp ki ladann yo va devni fòs travay kòve nou, e va sèvi nou.
DEU 20:12 Men si li pa fè lapè avèk nou, men fè lagè kont nou, alò, nou va fè syèj kont li.
DEU 20:13 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, livre li nan men nou, nou va frape tout mesye yo avèk lam nepe.
DEU 20:14 Sèlman fanm avèk pitit avèk bèt avèk tout piyaj la, nou va pran kòm byen ki sezi pou kont nou. Nou gen dwa sèvi piyaj lènmi nou yo ke SENYÈ a te bannou.
DEU 20:15 “Konsa, nou va fè a tout vil ki lwen nou yo, ki pa pati nan vil a nasyon ki toupre yo.
DEU 20:16 “Sèlman, nan vil a pèp sa yo ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la, nou pa pou kite anyen viv ki respire.
DEU 20:17 Nou va detwi yo nèt; Etyen yo, Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an,
DEU 20:18 jis pou yo pa vin enstwi nou selon tout bagay abominab ke yo te fè pou dye pa yo, pou nou vin peche kont SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 20:19 “Lè nou fè syèj yon vil pandan anpil tan, pou fè lagè kont li pou nou kapab pran li an kaptivite, nou pa pou detwi pyebwa li yo nan voye rach sou yo; pou nou kapab manje nan yo, e nou pa pou koupe yo. Paske èske pyebwa chan an se yon moun, ke nou ta dwe fè syèj ladann?
DEU 20:20 Sèlman bwa ke nou konnen ki pa bay fwi yo, nou va detwi yo e koupe yo, pou nou kapab konstwi syèj yo kont vil ki kont nou an, jiskaske l fin tonbe.
DEU 21:1 “Si yon moun yo te touye, twouve kouche nan mitan chan nan peyi ke SENYÈ a bannou pou posede a, epi yo pa konnen ki moun ki te frape li,
DEU 21:2 alò, ansyen nou yo avèk jij nou yo va ale deyò pou mezire distans pou rive nan vil ki antoure sila ke yo te touye a.
DEU 21:3 “Li va fèt ke vil ki pi pre moun ke yo te touye a, la pou ansyen nan vil sa a pran yon bèf gazèl ki sòti nan twoupo a, ki poko travay, e ki poko rale chaj.
DEU 21:4 Konsa, ansyen nan vil sa yo va mennen gazèl la desann nan yon vale avèk kouran dlo, ki potko raboure ni plante. Li va kase kou gazèl la nan plas kote vale a.
DEU 21:5 “Alò, prèt yo, fis a Levit yo, va pwoche toupre, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi yo pou sèvi Li e pou beni nan non SENYÈ a; chak kont, chak ka blese, se yo menm k ap regle yo.
DEU 21:6 Tout ansyen nan vil ki pi pre moun ke yo te touye a va lave men yo sou gazèl kou kase nan vale a.
DEU 21:7 Yo va reponn e di: ‘Men nou pa t vèse san sa a, ni zye nou yo pa t wè li.
DEU 21:8 Padone pèp Ou a, Israël, ke ou te peye ranson pou li a; O SENYÈ, pa mete koupabilite san inosan an nan mitan pèp Ou a, Israël.’ Epi koupabilite san pa yo a va padone.
DEU 21:9 Konsa, nou va retire koupabilite san inosan an soti nan mitan nou, lè nou fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a.
DEU 21:10 “Lè nou sòti nan batay kont lènmi nou yo, epi SENYÈ, Bondye nou an, livre yo nan men nou pou nou mennen yo ale an kaptivite,
DEU 21:11 epi nou vin wè pami kaptif yo yon bèl fanm, nou gen yon dezi pou li pou ta pran li kòm madanm pou nou menm,
DEU 21:12 alò, nou va mennen li lakay nou. Li va pase razwa sou tèt li, e taye zong li.
DEU 21:13 Li va, osi, retire rad kaptivite li yo, e li va fè lamantasyon pou papa li avèk manman li pandan jis yon mwa. Apre, nou kapab vin antre ladann pou vin mari li, e li va madanm nou.
DEU 21:14 Li va rive ke, si nou pa kontan avèk li, alò, nou va kite li ale kote li vle a; men anverite, nou p ap gen dwa vann li pou lajan. Nou p ap maltrete li, akoz nou te imilye li.
DEU 21:15 “Si yon nonm gen de madanm, youn ke li renmen anpil e lòt la ke li pa renmen, epi toude fè fis pou li, si premye ne a, se pou sila ke li pa renmen an,
DEU 21:16 epi li va rive nan jou ke li vin separe byen li gen avèk fis li yo, li pa kapab fè fis a sila li te renmen an vin premye ne avan fis a sila li pa t renmen an, ki se premye ne a.
DEU 21:17 Men li va rekonèt premye ne a, fis a sila li pa t renmen an, avèk yon doub pòsyon a tout sa li posede; paske se te kòmansman fòs li. A li devni dwa a premye ne a.
DEU 21:18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo,
DEU 21:19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a.
DEU 21:20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’
DEU 21:21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.
DEU 21:22 “Si yon nonm te fè yon peche ki merite lanmò, epi nou fè l pann sou yon bwa,
DEU 21:23 kò li pa pou pann tout nwit lan sou bwa a, men nou va, anverite, antere li nan menm jou a. (Paske sila ki pann nan, modi pou Bondye.) Se konsa pou nou pa degrade tè ke Bondye te bannou kòm eritaj la.
DEU 22:1 “Nou pa pou wè bèf a vwazen parèy nou, oswa mouton k ap pati, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va mennen yo retounen bay vwazen parèy nou an.
DEU 22:2 Si vwazen nou an pa pre nou, oswa nou pa konnen li, alò, nou va mennen li lakay nou, e li va rete la jiskaske vwazen nou vin chache li, pou nou remèt li a li menm.
DEU 22:3 Konsa, nou va fè avèk bourik li. Nou va fè menm jan an avèk manto li. Nou va fè menm jan an avèk nenpòt bagay ke li pèdi lè nou twouve l. Ou pa gen dwa neglije bagay sa yo.
DEU 22:4 “Nou pa pou wè bourik, ni bèf a vwazen nou ki tonbe nan chemen, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va ede li leve yo.
DEU 22:5 “Yon fanm pa pou mete rad gason, ni gason mete rad fanm. Lè yon moun fè bagay sa a, yo abominab a SENYÈ Bondye nou an.
DEU 22:6 “Si nou vin jwenn yon nich zwazo akote chemen an, nan nenpòt pyebwa oswa atè, avèk ti jèn zwazo yo oswa ze yo, epi manman an chita sou ti zwazo oswa sou ze yo, nou pa kapab pran manman an ansanm avèk ti jèn zwazo yo.
DEU 22:7 Nou va, anverite, kite manman an sòti lib. Men jèn ti zwazo yo, nou kapab pran yo pou nou menm, pou sa kapab byen pou nou e pou nou kapab viv pandan anpil jou.
DEU 22:8 “Lè nou bati yon kay tounèf, nou va fè yon balistrad ki antoure tèras twati a pou nou pa vin koupab de san si yon moun ta vin tonbe.
DEU 22:9 “Nou pa pou plante chan rezen an avèk de kalite semans; oswa, tout pwodwi ki sòti nan sa nou plante a, ak pwodwi chan rezen an, va vin gate.
DEU 22:10 “Nou pa pou raboure avèk yon bèf ak yon bourik ansanm.
DEU 22:11 “Nou pa pou mete twal ki mele len avèk twal fen tankou koton ansanm.
DEU 22:12 Nou va fè ponpon nan kat kwen vètman ki kouvri nou yo.
DEU 22:13 “Si yon nonm pran yon madanm pou ale sou kabann avèk li, epi pita li vin vire kont li
DEU 22:14 pou l akize li de zak k ap gate repitasyon li, pou l di: ‘Mwen te pran fanm sa a, men lè m te pwoche l, mwen pa t twouve li vyèj,’
DEU 22:15 alò, papa avèk manman fi a va pran li e prezante temwayaj prèv ke li te vyèj bay ansyen lavil yo devan pòtay la.
DEU 22:16 Papa a fi a va di a ansyen yo: ‘Mwen te bay pitit mwen a mesye sila a kòm madanm, men li te vire kont li.
DEU 22:17 Konsa, veye byen, li te akize li a zak ki gate repitasyon li. Li te di: “Mwen pa t twouve fi nou an vyèj.” Men temwayaj vijinite li.’ Yo va ouvri vètman an devan ansyen lavil la.
DEU 22:18 Konsa, ansyen yo va pran nonm nan pou ba li chatiman.
DEU 22:19 Konsa, yo va fè l peye san sik an ajan, pou bay a papa fi a, akoz li te fè difamasyon piblikman sou yon fi an Israël. Epi konsa, li va rete toujou kòm madanm li. Li p ap ka divòse ak li pandan tout jou li yo.
DEU 22:20 “Men si akizasyon sa a vrè, ke fi a pa t vyèj,
DEU 22:21 alò, yo va mennen fi a deyò pòtay lakay papa l la, epi mesye lavil yo va lapide li jiskaske li mouri akoz li te komèt yon betiz lèd an Israël, lè l te fè pwostitisyon lakay papa l la. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
DEU 22:22 “Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.
DEU 22:23 “Si gen yon fi ki vyèj ki fiyanse ak yon nonm, epi yon lòt mesye twouve li nan vil la, e kouche avèk li,
DEU 22:24 alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
DEU 22:25 “Men si se nan chan deyò ke mesye a vin jwenn fi ki fiyanse a; epi mesye a fòse li kouche avèk li; alò, sèlman mesye ki kouche avèk li a, va mouri.
DEU 22:26 Men nou p ap fè fi a anyen. Nanpwen peche nan fi a ki merite lanmò; paske menm jan ke yon nonm leve kont vwazen li pou touye li a, se konsa ka sa a ye.
DEU 22:27 Lè li te twouve li nan chan an, fi fiyanse a te kriye fò, men li pa t gen pèsòn la pou sove l.
DEU 22:28 “Si yon nonm twouve yon fi ki vyèj, ki pa fiyanse, epi sezi li pou kouche avèk li, e li vin dekouvri ,
DEU 22:29 alò, mesye ki te kouche avè l la, va bay papa fi a senkant sik an ajan. Konsa, li va devni madanm li akoz li te imilye li. Li pa kapab divòse ak li pandan tout jou li yo.
DEU 22:30 Yon gason pa pou pran madanm a papa li. Li pa pou dekouvri jip papa l.
DEU 23:1 “Nanpwen pèsòn avèk boul grenn li kraze oswa koupe ki va antre nan asanble SENYÈ a.
DEU 23:2 Nanpwen pèsòn ki ne nan yon relasyon ilejitim ki va antre nan asanble SENYÈ a. Ni okenn nan desandan li yo menm jis rive nan dizyèm jenerasyon p ap antre nan asanble SENYÈ a.
DEU 23:3 Nanpwen Amonit ni Moabit ki va antre nan asanble SENYÈ a. Okenn nan desandan li yo menm jis rive nan dizyèm jenerasyon p ap antre nan asanble SENYÈ a,
DEU 23:4 akoz yo pa t vin jwenn nou avèk manje ak dlo lè nou te sòti an Égypte la, epi akoz yo te achte sèvis Balaam, fis Beor ki sòti Pethor nan Mésopotamie pou modi nou.
DEU 23:5 Sepandan, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t dakò tande Balaam. Men SENYÈ a, Bondye nou an, te vire madichon an pou l devni yon benediksyon pou nou akoz SENYÈ nou an renmen nou.
DEU 23:6 Nou pa pou chache lapè pou yo, ni pwosperite yo pandan tout jou nou yo.
DEU 23:7 Nou pa pou meprize yon Edomit, paske li se frè nou. Nou pa pou meprize yon Ejipsyen, paske nou te yon etranje nan peyi li.
DEU 23:8 Fis a twazyèm jenerasyon ki fèt pou yo a kapab antre nan asanble SENYÈ a.
DEU 23:9 Lè nou sòti kòm yon lame kont lènmi nou yo, nou va evite tout kalite move bagay.
DEU 23:10 Si gen pami nou, yon nonm ki pa pwòp akoz li ejakile nan lannwit; alò, li oblije ale deyò kan an. Li pa kapab reantre nan kan an,
DEU 23:11 men li va fèt ke lè aswè rive, li va benyen tèt li avèk dlo. Konsa, lè solèy kouche, li kapab reantre nan kan an.
DEU 23:12 Ou va, osi, gen yon kote deyò kan an; epi se la ou gen pou ou ale pou elimine pèsonèl.
DEU 23:13 Konsa, nou va genyen yon pèl pami zouti nou yo, epi li va fèt ke lè nou chita deyò a, nou va fouye avèk li, e nou va kouvri poupou nou.
DEU 23:14 Akoz SENYÈ a, Bondye nou an, mache nan mitan kan nou yo pou delivre nou, e venk lènmi nou yo devan nou; pou sa, fòk kan nou yo sen. Fòk Li pa wè anyen ki pa pwòp pami nou; oswa, Li va vire kite nou.
DEU 23:15 Nou pa pou lonje remèt yon esklav ki te kouri kite mèt li pou rive kote nou.
DEU 23:16 Li va viv avèk nou nan mitan nou, nan yon kote li chwazi pami youn nan vil pa nou yo ki fè l plezi. Nou pa pou maltrete li.
DEU 23:17 Okenn nan fi Israël yo p ap sèvi kòm pwostitiye nan tanp payen yo. Ni okenn nan fis Israël yo p ap sèvi pou pwostitiye nan tanp payen yo.
DEU 23:18 Nou pa pou mennen salè a yon pwostitiye ni frè jounalye a yon chen pede pou antre lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou okenn ofrann ve; paske toude sa yo abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 23:19 Nou pa pou mande enterè lajan a sitwayen parèy nou yo: enterè sou lajan, manje, oswa nenpòt bagay ki kapab prete ak enterè.
DEU 23:20 Nou kapab tire enterè sou yon etranje; men pou sitwayen parèy nou, nou pa pou mande enterè, jis pou SENYÈ, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout sa ke nou eseye fè nan peyi ke nou prèt pou antre posede a.
DEU 23:21 Lè nou fè yon ve a SENYÈ a, Bondye nou an, nou p ap pran reta pou peye li, paske sa ta yon peche nan ou, e SENYÈ, Bondye nou an, va, anverite, egzije l nan men nou.
DEU 23:22 Sepandan, si nou te evite fè ve a, sa pa t ap peche nan nou.
DEU 23:23 Nou va fè atansyon pou fè tout sa ki sòti nan lèv nou. Nenpòt jan ke nou te fè ve selon volonte SENYÈ a, Bondye nou an, tout sa nou oblije fè.
DEU 23:24 Lè nou antre nan chan rezen vwazen nou, nou kapab manje rezen yo jiskaske vant nou plen; men nou pa pou mete nan panyen nou.
DEU 23:25 Lè nou antre nan chan sereyal ki pou vwazen nou, nou gen dwa rekòlte tèt grenn yo avèk men nou; men nou pa kapab voye kouto a nan rekòlt sereyal a vwazen nou an.
DEU 24:1 “Lè yon nonm pran yon madanm pou marye avèk li, epi li rive ke li pa jwenn favè nan zye li, akoz ke li twouve kèk defo nan li, li ekri li yon sètifika divòs, mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li.
DEU 24:2 Konsa, lè l kite kay li, li gen dwa pou ale devni madanm a yon lòt mesye.
DEU 24:3 Si dezyèm mari a vire kont li e ekri li yon sètifika divòs, e mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li; oswa, si dezyèm mari li te genyen an, vin mouri,
DEU 24:4 premye mari ki te voye li ale a, pa gen dwa pran li ankò kòm madanm li, akoz sa konwonpi. Paske sa se yon bagay abominab devan SENYÈ a. “Epi nou pa pou mennen peche sou peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou kòm eritaj la.
DEU 24:5 “Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan.
DEU 24:6 “Pèsòn pa pou pran wòch moulen anwo a kòm sekirite; paske se tankou li te pran vi a moun nan kòm sekirite.
DEU 24:7 “Si yo pran yon moun nan kidnape nenpòt nan sitwayen fis Israël yo, epi li te trete l kon esklav, oswa li te vann li; alò, vòlè sila a va mouri. Konsa, nou va retire mechanste pami nou.
DEU 24:8 “Fè atansyon kont enfeksyon lalèp, pou nou swiv avèk dilijans e fè tout sa ke prèt Levit yo te enstwi nou. Jan mwen te kòmande yo a, se konsa nou va fè atansyon pou nou fè.
DEU 24:9 Sonje sa ke SENYÈ Bondye nou an, te fè Marie nan chemen an pandan nou t ap sòti an Égypte la.
DEU 24:10 “Lè nou fè nenpòt kalite prè a vwazen nou, nou pa pou antre lakay li pou pran garanti.
DEU 24:11 Nou va rete deyò, e nonm k ap resevwa prè a va pote garanti a deyò bannou.
DEU 24:12 Si se yon malere, ou pa pou dòmi avèk garanti li.
DEU 24:13 Lè solèy la fin kouche, nou va, anverite, remèt garanti a li, pou li kapab dòmi nan manto li e beni nou. Sa va sèvi kòm ladwati pou nou devan SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 24:14 Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo.
DEU 24:15 Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.
DEU 24:16 “Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.
DEU 24:17 “Nou pa pou tòde lajistis la ki se dwa a yon etranje, oswa yon òfelen, ni pran rad a yon vèv kòm garanti.
DEU 24:18 Men nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou soti la. Akoz sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.
DEU 24:19 “Lè nou fè rekòlt nou nan chan nou, men nou bliye yon pakèt nan chan an, nou pa pou retounen pran l. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la, pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout travay men nou yo.
DEU 24:20 Lè nou keyi pye doliv la, nou pa pou pase sou branch yo yon dezyèm fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la.
DEU 24:21 Lè nou rekòlte rezen nan chan rezen an, nou p ap pase sou li yon lòt fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la.
DEU 24:22 “Nou va sonje ke nou te yon esklav nan peyi Égypte la. Pou sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.
DEU 25:1 “Si gen yon konfli antre de mesye, epi yo ale devan tribinal lan pou jij yo deside ka yo, yo gen pou jistifye sila ki gen ladwati a, e kondane sila ki mechan an.
DEU 25:2 Konsa, li va rive ke si nonm ki mechan an, merite bat, jij la va fè li kouche, e fè bat li nan prezans li avèk fòs kantite kou ki koresponn avèk koupabilite li a.
DEU 25:3 Li kapab bat li karant fwa, men pa plis, jis pou li pa bat li avèk plis kou ke sa, epi frè nou an pa vin degrade nan zye nou.
DEU 25:4 “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap travay moulen an.
DEU 25:5 “Lè frè yo viv ansanm, youn nan yo mouri e li pa gen fis, madanm a sila ki mouri an p ap marye deyò fanmi an ak yon lòt mesye. Frè mari li a va antre nan li, epi pran li pou li menm kòm madanm pou fè devwa a yon frè mari a pou li.
DEU 25:6 Li va rive ke premye ne ke li fè a, li va pran non a frè mouri an, pou non li pa efase soti an Israël.
DEU 25:7 “Men si nonm nan pa vle pran madanm frè li a, alò, madanm frè li a va monte vè pòtay kote ansyen yo e di: ‘Frè mari mwen an refize etabli yon non pou frè li an Israël. Li pa dakò pou fè devwa a frè mari mwen.’
DEU 25:8 Alò, ansyen a vil li yo va voye li pale avèk li menm frè a. Epi si li pèsiste e li di: ‘Mwen pa vle pran li,’
DEU 25:9 alò, madanm frè li a va vin vè li devan zye a ansyen yo, li va retire sandal li nan pye li, ekrache nan figi li; epi li va deklare: ‘Se konsa sa fèt a mesye ki pa bati kay frè li.’
DEU 25:10 An Israël, non li va rele: “Lakay a sila yo retire sapat la”.
DEU 25:11 “Si de mesye, yon mesye avèk yon sitwayen parèy li ap lite ansanm, si madanm nan prè pou livre mari li a sila ki ap frape li a, e lonje men l pou sezi pati jenital li,
DEU 25:12 alò, nou va koupe men li. Nou pa pou gen pitye pou li menm.
DEU 25:13 “Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti.
DEU 25:14 Nou pa pou genyen lakay nou plizyè kalite mezi, yon gwo avèk yon piti.
DEU 25:15 Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an.
DEU 25:16 Paske tout moun ki fè bagay sa yo, tout moun ki aji avèk enjistis abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 25:17 “Sonje sa ke Amalec te fè nou pandan nou te nan chemen pou sòti an Égypte la,
DEU 25:18 kijan li te rankontre nou nan chemen an e te atake pami nou tout sila ki rete dèyè yo lè nou te fatige e san fòs la. Li pa t krent Bondye.
DEU 25:19 “Pou sa, li va vin rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin bannou repo de tout lènmi ki antoure nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj pou posede a, nou va efase memwa a Amalec soti anba syèl la. Nou pa pou bliye sa.
DEU 26:1 “Konsa, li va rive ke lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj la, epi nou vin posede li pou viv ladann,
DEU 26:2 ke nou va pran kèk nan premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an.
DEU 26:3 Nou va ale vè prèt ki anplas nan tan sa a, e nou va di li: ‘Mwen deklare nan jou sa a SENYÈ a, Bondye ou a, ke mwen te antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.’”
DEU 26:4 “Alò, prèt la va pran panyen an soti nan men ou e mete li devan lotèl SENYÈ a, Bondye ou a.
DEU 26:5 “Ou va reponn e di devan SENYÈ a, Bondye ou a: ‘Papa m te yon vwayajè Arameyen fèt pou peri. Li te desann an Égypte, e li te demere la. Yo te piti an kantite, men la, li te devni yon gran nasyon pwisan avèk anpil moun.
DEU 26:6 Ejipsyen yo te trete nou byen di e te aflije nou. Yo te enpoze travay fòse sou nou.
DEU 26:7 Alò, nou te kriye a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, epi SENYÈ a te tande vwa nou e te wè afliksyon nou avèk travay di ak opresyon yo.
DEU 26:8 Konsa, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan, yon bra lonje, avèk gwo krent, avèk sign ak mèvèy.
DEU 26:9 Li te mennen nou nan kote sa a, e te bannou peyi sa a, yon peyi k ap koule avèk lèt ak siwo myèl.
DEU 26:10 “‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a;
DEU 26:11 epi ou menm avèk Levit la ak etranje ki pami nou an va rejwi nan tout bonte ke SENYÈ a, Bondye ou a, te bannou avèk tout lakay nou.
DEU 26:12 “Lè nou fin peye tout dim a pwodwi yo nan twazyèm ane a, ane a dim nan; alò, nou va bay li a Levit la, a etranje a, a òfelen an, e a vèv la, pou yo kapab manje nan vil nou yo e vin satisfè.
DEU 26:13 “Nou va di devan SENYÈ a, Bondye nou an, ‘Mwen te retire pòsyon sen ki te lakay mwen an; epi osi, mwen te bay li a Levit la ak etranje a, avèk òfelen ak vèv la, selon tout kòmandman Ou yo, ke Ou te kòmande mwen. Mwen pa t vyole ni bliye okenn nan kòmandman Ou yo.
DEU 26:14 Mwen pa t manje ladann pandan lamantasyon mwen, ni mwen pa t retire anyen ladann pandan mwen pa t pwòp, ni pa t ofri anyen nan li a mò yo. Mwen te koute vwa SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te fè selon tout sa ke Ou te kòmande mwen yo.
DEU 26:15 Gade anba depi nan abitasyon sen Ou an, depi nan syèl la, e beni pèp Ou a, Israël avèk tè ke Ou te bannou an, yon tè ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan Ou te sèmante a zansèt nou yo.’
DEU 26:16 “Nan jou sa a, SENYÈ a Bondye nou an, kòmande nou pou fè lwa avèk règleman sila yo. Nou va fè atansyon pou fè yo avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.
DEU 26:17 “Jodi a, nou te pwoklame SENYÈ a, se Bondye nou, ke nou ta mache nan chemen Li yo, kenbe lwa Li yo, règleman Li yo ak kòmandman Li yo, e koute vwa Li.
DEU 26:18 “Jodi a, SENYÈ a te pwoklame nou se pèp Li, yon posesyon presye, jan Li te pwomèt nou an, epi nou ta dwe kenbe tout kòmandman Li yo.
DEU 26:19 Konsa, Li va plase nou wo anwo tout lòt nasyon ke Li te fè yo, pou lwanj, repitasyon ak onè, pou nou kapab yon pèp konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li te pale a.”
DEU 27:1 Epi Moïse avèk ansyen Israël yo te bay lòd a pèp la. Li te di: “Kenbe tout kòmandman mwen kòmande nou jodi a yo.
DEU 27:2 Se konsa sa va ye nan jou ke nou travèse Jourdain an pou rive nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, pou nou fè kanpe pou nou menm gwo wòch e kouvri yo avèk mòtye lacho.
DEU 27:3 Nou va ekri sou yo tout pawòl a lwa sa yo, lè nou travèse, jis pou nou kapab antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pwomèt nou an.
DEU 27:4 “Se konsa sa va ye pou nou lè nou travèse Jourdain an. Nou va fè kanpe sou mòn Ébal wòch sa yo, jan mwen ap kòmande nou jodi a, epi nou va kouvri yo avèk lacho.
DEU 27:5 Anplis, nou va bati la, yon lotèl a SENYÈ a, Bondye nou an, yon lotèl avèk wòch. Nou p ap voye yon zouti fè sou yo.
DEU 27:6 Nou va bati lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, avèk wòch ki pa taye. Konsa, nou va ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 27:7 Nou va fè sakrifis ofrann lapè yo, e nou va manje la. Konsa, nou va rejwi nou devan SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 27:8 Nou va ekri sou wòch yo tout pawòl a lwa sila yo, byen klè.”
DEU 27:9 Moïse avèk prèt Levit yo te pale avèk tout Israël. Yo te di: “Fè silans O Israël! Nan jou sa a menm, nou devni yon pèp pou SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 27:10 Pou sa, nou va obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va fè kòmandman Li yo avèk règleman Li yo ke mwen te kòmande nou jodi a.”
DEU 27:11 Moïse te osi bay lòd a pèp la nan jou sa a. Li te di:
DEU 27:12 “Lè nou travèse Jourdain an, men sila ki va kanpe sou Mòn Garizim pou beni pèp la: Siméon, Lévi, Juda, Issacar, Joseph avèk Benjamin.
DEU 27:13 Pou pwononse malediksyon yo, sila yo va kanpe sou Mòn Ébal: Ruben, Gad, Aser, Zabulon, Dan ak Nephtali.”
DEU 27:14 “Levit yo va, alò, reponn e di a tout pèp Israël la avèk yon gran vwa:
DEU 27:15 ‘Modi se mesye ki fè yon zidòl oswa yon imaj ki fonn, yon bagay abominab a SENYÈ a, zèv a yon ouvriye, e ki monte li an sekrè.’ Epi tout pèp la va reponn pou di: ‘Amen’.
DEU 27:16 ‘Modi se sila ki dezonore papa l oswa manman l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
DEU 27:17 ‘Modi se sila ki deplase limit lizyè vwazen li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
DEU 27:18 ‘Modi se sila ki mal gide yon avèg sou wout la.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
DEU 27:19 ‘Modi se sila ki tòde lajistis pou yon etranje, òfelen, oswa vèv.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
DEU 27:20 ‘Modi se sila ki kouche avèk madanm a papa li, akoz li te dekouvri jip papa l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
DEU 27:21 ‘Modi se sila ki kouche avèk nenpòt bèt.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
DEU 27:22 ‘Modi se sila ki kouche avèk sè li, fi a papa li, oswa a manman li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’
DEU 27:23 ‘Modi se sila ki kouche avèk bèlmè li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’
DEU 27:24 ‘Modi se sila ki frape vwazen li an sekrè.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
DEU 27:25 ‘Modi se sila ki aksepte lajan pou asasine yon moun inosan.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
DEU 27:26 ‘Modi se sila ki pa konfime pawòl a lwa sa yo avèk aksyon li’. Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’”
DEU 28:1 “Alò, li va rive ke si yo obeyi avèk dilijans SENYÈ a, Bondye nou an, e fè atansyon pou fè tout kòmandman Li yo ke mwen kòmande nou jodi a, SENYÈ a va plase nou wo, pi wo pase tout lòt nasyon sou latè yo.
DEU 28:2 “Tout benediksyon sila yo va vini sou nou, epi yo va tonbe sou nou nèt, si nou tande vwa SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 28:3 Nou va beni nan vil, e beni andeyò.
DEU 28:4 Beni va fwi a vant nou, pòtre a bèt nou yo, kwasans a twoupo nou yo ak jenn pòtre a bann mouton nou yo.
DEU 28:5 Beni va panyen nou avèk veso k ap foule pat pen an.
DEU 28:6 Beni lè nou antre, epi beni lè nou sòti.
DEU 28:7 “SENYÈ a va fè lènmi ki leve kont nou yo bat devan nou. Yo va vin parèt kont nou nan yon sèl direksyon, men y ap sove ale devan nou nan sèt direksyon.
DEU 28:8 “SENYÈ a va kòmande benediksyon sou nou nan depo nou yo, nan tout bagay, depi nou mete men nou ladann. Li va beni nou nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an.
DEU 28:9 “SENYÈ a va etabli nou kòm yon pèp ki sen a Li Menm, jan Li te sèmante a nou menm nan, si nou kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo.
DEU 28:10 Konsa, tout pèp sou latè yo va wè ke nou rele pa non SENYÈ a, e yo va pè nou.
DEU 28:11 “SENYÈ a va fè nou ogmante an pwosperite, nan fwi zantray nou, nan fètilite bèt nou yo, ak nan pwodwi tè nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.
DEU 28:12 “SENYÈ a va louvri pou nou depo bonte Li a, syèl la, pou bay lapli sou peyi nou nan sezon li, pou beni tout travay a men nou yo. Nou va prete lajan bay anpil nasyon, men nou p ap janm mande prete.
DEU 28:13 SENYÈ a va fè nou tèt olye de ke. Nou va anwo tou sèl, e nou p ap anba, si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ke mwen pase lòd bannou jodi a, pou nou swiv avèk atansyon,
DEU 28:14 epi pa vire akote okenn nan pawòl ke mwen kòmande nou jodi a, ni adwat, ni agoch, pou ale apre lòt dye yo pou sèvi yo.
DEU 28:15 “Men li va vin rive ke si nou pa obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv tout kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ke mwen pase lòd bannou jodi a, ke tout malediksyon sa yo va vini sou nou, pou pran nou.
DEU 28:16 “Modi nou va ye nan vil la, epi modi nou va ye andeyò.
DEU 28:17 “Modi va panyen nou ak bòl k ap pote pen nou.
DEU 28:18 “Modi va fwi zantray nou ak pwodwi a tè nou yo, kwasans twoupo a, avèk jenn pòtre bann mouton nou yo.
DEU 28:19 “Modi nou va ye lè nou antre, epi modi nou va ye lè nou sòti.
DEU 28:20 “SENYÈ a va voye sou nou madichon, twoub, avèk menas nan tout sa nou eseye fè, jiskaske nou fin detwi nèt, akoz mechanste a zèv nou yo, akoz ke nou te abandone mwen.
DEU 28:21 “SENYÈ a va fè gwo epidemi vin kole sou nou jiskaske li fin manje nou soti nan peyi kote nou ap antre pou posede a.
DEU 28:22 “SENYÈ a va frape nou avèk epidemi tibèkiloz ak lafyèv, enflamasyon ak chalè ki brile, avèk nepe, maladi ki seche jaden, avèk pichon. Yo va kouri dèyè nou jiskaske nou mouri.
DEU 28:23 Syèl sou tèt nou an va vin bwonz, epi tè anba pye nou an va vin fè.
DEU 28:24 SENYÈ a va fè lapli tè nou an avèk poud e pousyè ki soti nan syèl la. Li va tonbe sou nou jiskaske nou fin detwi.
DEU 28:25 “SENYÈ a va lakoz ke nou vin bat devan lènmi nou yo. Nou va sòti yon direksyon kont yo e nou va sove ale nan sèt direksyon devan yo. Konsa, nou va jete ale retou pami tout wayòm latè yo.
DEU 28:26 Kadav nou va fè manje pou zwazo anlè yo ak bèt sovaj latè yo. Epi konsa, p ap gen moun ki pou chase yo ale.
DEU 28:27 “SENYÈ a va frape nou avèk abse Égypte yo, avèk timè e avèk kal sou po nou, ak gratèl, nan sila p ap gen gerizon yo.
DEU 28:28 “SENYÈ a va frape nou pou fè nou fou, avèg ak sezi nan kè.
DEU 28:29 Nou va tatonnen gwo midi, tankou yon avèg tatonnen nan tenèb, epi nou pa p pwospere nan zafè nou yo. Men nou va tout tan oprime e kontinyèlman viktim vòl, san genyen pèsòn pou bannou sekou.
DEU 28:30 “Nou va fiyanse yon madanm, men yon lòt mesye va vyole li. Nou va bati yon kay, men nou p ap viv ladann. Nou va plante yon chan rezen, men nou p ap sèvi nan fwi li.
DEU 28:31 “Bèf nou va touye devan zye nou, men nou p ap manje ladann. Bourik nou va rache nan men nou, e yo p ap remèt bannou. Mouton nou va bay a lènmi nou yo, e nou p ap gen okenn moun ki pou sove nou.
DEU 28:32 “Fis nou yo ak fi nou yo va bay a yon lòt pèp. Zye nou yo ap gade sou sa e anvi wè yo tout tan, men p ap gen anyen nou kapab fè.
DEU 28:33 “Yon pèp nou pa menm konnen va vin manje pwodwi a tè nou yo ak tout travay nou yo. Nou p ap janm wè anyen sof ke oprime e kraze tout tan.
DEU 28:34 Sa nou wè ak zye nou va fè nou vin fou nèt.
DEU 28:35 SENYÈ a va frape nou sou jenou ak janm avèk abse ki fè mal, ki pa gen gerizon soti anba pye nou rive jis anwo tèt nou.
DEU 28:36 “SENYÈ a va mennen nou avèk wa ke nou mete sou nou yo, a yon nasyon ki ni nou menm, ni zansèt nou yo pa t konnen. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, fèt ak bwa ak wòch.
DEU 28:37 Nou va devni yon objè meprize etonan, yon pwovèb, yon plezi pami tout pèp kote SENYÈ a pouse nou ale yo.
DEU 28:38 “Nou va pote anpil semans nan chan yo, men nou va ranmase piti, paske krikèt yo va manje yo.
DEU 28:39 Nou va plante e kiltive chan rezen yo, men nou p ap bwè diven, ni ranmase fwi yo, paske vè va devore yo.
DEU 28:40 Nou va genyen pye doliv nan tout tèritwa nou yo, men nou p ap onksyone nou avèk lwil, paske fwi doliv yo va tonbe.
DEU 28:41 “Nou va gen fis ak fi, men yo p ap pou nou, paske yo va antre an kaptivite.
DEU 28:42 “Krikèt va posede tout bwa ak pwodwi latè nou yo.
DEU 28:43 “Etranje ki pami nou an, va leve pi wo e pi wo ke nou, men nou va desann piba, e piba.
DEU 28:44 Li va prete nou lajan, men nou p ap gen pou prete li. Li va tèt, nou menm, nou va ke.
DEU 28:45 “Konsa tout madichon sa yo va vini sou nou pou pran nou jiskaske nou fin detwi, akoz nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa t kenbe Kòmandman Li yo ak lwa Li yo, ke Li te kòmande nou.
DEU 28:46 “Madichon sa yo va devni yon sign ak yon mèvèy pou nou ak desandan nou yo jis pou tout tan.
DEU 28:47 Akoz nou pa t sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou ta twouve tout bagay, avèk jwa ak kè kontan.
DEU 28:48 Pou sa, nou va sèvi lènmi nou yo ke SENYÈ a va voye kont nou, nan grangou, nan swaf, nan toutouni ak nan manke tout bagay. Konsa, Li va mete yon jouk fèt an fè sou kou nou jiskaske Li fin detwi nou.
DEU 28:49 “SENYÈ a va mennen yon nasyon kont nou soti lwen nan dènye pwent latè, tankou èg desann; yon nasyon ak yon langaj nou p ap konprann,
DEU 28:50 yon nasyon, avèk figi fewòs, ki p ap gen respè pou ansyen yo, ni montre favè a jèn yo.
DEU 28:51 Yo va manje fwi a twoupo nou yo ak pwodwi a tè nou yo jiskaske nou fin detwi. Yo p ap kite anyen, ni diven nèf la, ni lwil, ni fwi a twoupo nou yo oswa bann mouton nou yo jiskaske yo fè nou mouri.
DEU 28:52 Yo va mete syèj sou nou nan tout vil nou yo jiskaske miray wo byen fòtifye nan sila nou te mete konfyans nou yo tonbe atravè peyi nou an. Yo va fè syèj sou nou nan vil nou yo nan tout peyi ke SENYÈ a te bannou an.
DEU 28:53 “Konsa, nou va vin manje pitit a pwòp vant nou, chè a fis nou yo avèk fi nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou yo, pandan syèj la, ak tan rèd lan lè lènmi nou yo oprime nou.
DEU 28:54 “Nonm pami nou ki byen rafine e ki janti a va vin sovaj anvè frè li, anvè madanm ke li renmen anpil la, ak anvè tout lòt pitit li ki rete yo,
DEU 28:55 jis li p ap bay menm youn nan yo okenn nan chè a pitit li ke li va manje a; akoz nanpwen anyen ki rete, pandan syèj la ak tan di anpil la, pa sila ke lènmi nou yo va oprime nou nan tout vil nou yo.
DEU 28:56 “Fanm pami nou ki byen rafine e ki janti a, ki pa t ap eseye menm mete pye li atè tèlman li rafine e janti, li va vin sovaj anvè mari li ke li renmen anpil la, anvè fis li avèk fi li,
DEU 28:57 epi anvè vant ki sòti antre janm li yo lè l fè pitit e anvè pitit li yo ke li fè; paske li va manje yo an sekrè akoz mank tout lòt bagay pandan syèj la, e akoz soufrans pa sila lènmi nou va oprime nou nan vil nou yo.
DEU 28:58 “Konsa, si nou pa fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo ki ekri nan liv sila yo, avèk krent non sa a ki plen onè e ki mèvèye a, SENYÈ a, Bondye nou an,
DEU 28:59 alò, SENYÈ a va mennen toumant ekstrawòdinè vin sou nou avèk desandan nou yo, menm gran toumant ki sevè e ki dire anpil, epidemi ki pa janm fini, e maladi ki rete mize.
DEU 28:60 Li va fè retounen sou nou tout maladi Égypte ke nou pè yo e yo va kole sou nou.
DEU 28:61 Osi, tout kalite maladi ak toumant ki pa menm ekri nan liv lalwa sila a, SENYÈ a va mennen yo sou nou jiskaske nou fin detwi.
DEU 28:62 “Konsa, nou va rete piti an kantite, malgre avan nou te gran an kantite tankou zetwal syèl yo, akoz ke nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an.
DEU 28:63 “Li va rive ke menm jan SENYÈ a te fè kè kontan sou nou pou fè nou pwospere e miltipliye nou an; konsa, SENYÈ a va fè kè kontan sou nou pou fè nou peri e detwi nou. Nou va chire sòti nan tè ke nou ap antre pou posede a.
DEU 28:64 “Anplis, SENYÈ a va fè nou gaye pami tout pèp la jis soti nan pwent latè pou rive nan lòt la. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, bwa avèk wòch, ke nou menm avèk zansèt nou yo pa t janm konnen.
DEU 28:65 Pami nasyon sila yo, nou p ap twouve repo, ni p ap gen plas repo pou pla pye nou. Men la, SENYÈ a va bannou kè sote, zye ki febli ak nanm ki pèdi espwa.
DEU 28:66 “Konsa, lavi nou va pandye nan dout devan nou. Nou va gen gwo laperèz lannwit kon lajounen, ni nou p ap gen asirans lavi nou.
DEU 28:67 “Nan maten, nou va di: ‘Pito lannwit te rive’, e nan aswè, nou va di: ‘Pito se te maten!’ akoz krent kè nou ki bannou laperèz e pou vizyon a zye nou ke yo va wè.
DEU 28:68 “SENYÈ a va mennen nou retounen an Égypte nan gwo bato, pa chemen ke m te pale nou an: ‘Nou p ap janm wè li ankò!’ Epi la, nou va ofri tèt nou menm pou vann a lènmi nou yo kòm esklav mal ak femèl, men p ap gen moun pou achte nou.”
DEU 29:1 Sila yo se pawòl akò a ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fè avèk fis Israël yo nan peyi Moab la, anplis akò Li te fè avèk yo nan Horeb la.
DEU 29:2 Moïse te konvoke tout Israël e te di yo: “Nou te wè tout sa ke SENYÈ a te fè a Farawon nan peyi Égypte la e a tout sèvitè li yo avèk tout peyi li a;
DEU 29:3 gwo eprèv ke zye nou te wè yo, gwo sign sa yo avèk mèvèy yo.
DEU 29:4 Men jis rive jodi a, SENYÈ a pa t bannou yon kè pou konnen, ni zye pou nou wè, ni zòrèy pou nou tande.
DEU 29:5 Mwen te mennen nou pandan karantan nan dezè a. Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni sandal nou yo pa t epwize nan pye nou.
DEU 29:6 Nou pa t manje pen, ni nou pa t bwè bwason ki fò pou nou ta konnen ke Mwen menm, se Senyè a, Bondye nou an.
DEU 29:7 Lè nou te rive kote sa a, Sihon, wa Hesbon an avèk Og, wa Basan an, yo te sòti pou rankontre nou pou batay, men nou te bat yo.
DEU 29:8 Nou te pran peyi pa yo a pou bay li kòm eritaj a Ribenit yo, a Gadit yo e a mwatye tribi a Manasit yo.
DEU 29:9 Pou sa, kenbe pawòl akò sa yo pou fè yo, pou nou kapab reyisi nan tout sa ke nou eseye fè.
DEU 29:10 Nou vin kanpe la a jodi a, nou tout, devan SENYÈ, Bondye nou an: chèf nou yo, tribi nou yo, ansyen nou yo ak ofisye nou yo, tout mesye Israël yo,
DEU 29:11 timoun nou yo, madanm nou yo ak etranje ki demere nan kan nou yo, soti nan sila ki koupe bwa dife nou, jis rive nan sila ki rale dlo nou yo,
DEU 29:12 pou nou kapab antre an akò avèk SENYÈ a, Bondye nou an, pou sèman ke SENYÈ Bondye nou an, ap fè avèk ou jodi a,
DEU 29:13 pou Li kapab etabli nou jodi a kòm pèp Li, e pou Li kapab devni Bondye nou, jis jan ke Li te pale nou an ak jan Li te sèmante a zansèt nou yo, a Abraham, Isaac, e a Jacob la.
DEU 29:14 Alò, se pa avèk nou sèlman ke Mwen ap fè akò sila a avèk sèman sila a,
DEU 29:15 men avèk sila ki kanpe isit yo avèk nou jodi a nan prezans a SENYÈ a, Bondye nou an, e avèk sila ki pa la avèk nou jodi a
DEU 29:16 (paske nou konnen kijan nou te viv nan peyi Égypte la ak kijan nou te pase nan mitan nasyon kote nou te pase yo;
DEU 29:17 anplis, nou te wè abominasyon pa yo ak zidòl pa yo an bwa, wòch, ajan ak lò, ki te avèk yo);
DEU 29:18 pou pa t ap genyen pami nou jodi a ni gason, ni fanm, ni fanmi, ni tribi, ki gen kè ki vire kite SENYÈ a, Bondye nou an, pou ale sèvi lòt dye a nasyon sa yo; pou pa vin gen pami nou yon rasin ki pote fwi pwazon anmè konsa.
DEU 29:19 Pou l ta rive ke lè li tande pawòl a madichon sila a, li vin ògeye, e di: ‘Mwen va gen lapè menmlè mwen mache avèk kè di, pou m detwi tè wouze ansanm ak tè sèk.’
DEU 29:20 SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va efase non li anba syèl la.
DEU 29:21 Epi SENYÈ a va mete li apa pou mechanste l soti nan tout tribi Israël yo, selon tout madichon a akò ki ekri nan liv lalwa sila a.
DEU 29:22 “Alò, jenerasyon k ap vini an—fis nou ki leve apre nou yo, avèk etranje a ki sòti nan yon peyi lwen—lè yo wè toumant a peyi ak maladi avèk sila SENYÈ a te aflije li yo, yo va di:
DEU 29:23 Tout tèritwa li se souf avèk sèl, yon kote devaste kap brile nèt. Li pa simen menm, ni pwodwi anyen, li san zèb grandi ladann, tankou boulvèsman Sodome nan avèk Gomorrhe a. Li tankou Adma avèk Tseboïm ke SENYÈ a te boulvèse nan chalè Li avèk kòlè Li.
DEU 29:24 Tout nasyon yo va di: ‘Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a? Poukisa gwo kòlè sila a?’
DEU 29:25 “Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a te fè avèk yo, lè Li te mennen yo sòti nan peyi Égypte la.’
DEU 29:26 Yo te sèvi lòt dye yo e yo te adore yo, dye ke yo pa t konnen e ke Li pa t janm te ba yo.
DEU 29:27 Pou sa, kòlè SENYÈ a te brile kont peyi a, pou mennen sou li tout madichon ki ekri nan liv sa a.
DEU 29:28 SENYÈ a te dechouke yo nan peyi pa yo a nan kòlè Li. Avèk gwo mekontantman, Li te rache yo soti nan peyi yo pou jete yo nan yon lòt peyi, jan li ye kounye a.”
DEU 29:29 Bagay sekrè yo apatyen a SENYÈ a, Bondye nou an. Men bagay ki revele yo se pou nou menm avèk fis nou yo jis pou tout tan, pou nou kapab obsève tout pawòl lalwa sila yo.
DEU 30:1 “Konsa li va ye lè tout bagay sa yo fin vini sou nou, benediksyon an avèk madichon an ke mwen te mete devan nou pou nou sonje yo nan tout nasyon kote SENYÈ a va egzile nou yo,
DEU 30:2 epi ou retounen kote SENYÈ Bondye ou a, pou obeyi vwa Li ak tout kè e tout nanm ou, selon tout sa ke M kòmande ou jodi a, ou menm anplis ak fis ou yo.
DEU 30:3 Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo.
DEU 30:4 Si moun egzil sa yo nan lòt pwent tè a, soti la, SENYÈ a, Bondye nou an, va ranmase nou. Epi soti la, Li va mennen nou tounen.
DEU 30:5 SENYÈ a, Bondye nou an, va mennen nou antre nan peyi ke zansèt nou yo te posede a. Nou va posede li, epi Li va fè nou pwospere e vin miltipliye plis ke zansèt nou yo.
DEU 30:6 Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va sikonsi kè nou ak kè desandan nou yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, pou nou kapab viv.
DEU 30:7 SENYÈ a, Bondye nou an, va aflije lènmi nou yo avèk tout madichon sa yo ansanm ak sila ki rayi nou yo, ki te pèsekite nou yo.
DEU 30:8 Konsa, nou va ankò obeyi SENYÈ a e obsève tout kòmandman li yo ke Mwen te kòmande nou jodi a.
DEU 30:9 Epi SENYÈ a, Bondye nou an, va fè nou vin pwospere anpil nan travay men nou, nan fwi zantray nou yo, nan pòtre a bèt nou yo ak nan pwodwi ki sòti nan tè yo; paske SENYÈ a va ankò rejwi de nou pou bonte nou, jis jan ke Li te rejwi de zansèt nou yo,
DEU 30:10 si nou obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe kòmandman Li yo ak lwa Li yo ki ekri nan liv lalwa sila a, si nou vire vè SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè ak nanm nou.
DEU 30:11 “Paske kòmandman sila ke mwen bannou jodi a pa twò difisil pou nou, ni li pa twò wo pou nou pa rive kote l.
DEU 30:12 Li pa nan syèl la, pou nou ta di: ‘Kilès ki va monte nan syèl la pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li?’
DEU 30:13 Ni li pa lòtbò lanmè a, pou nou ta di: ‘Kilès k ap travèse lanmè a, pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li.’
DEU 30:14 Men pawòl la toupre nou, nan bouch nou ak nan kè nou, pou nou kapab swiv li.
DEU 30:15 Nou wè, jodi a Mwen te mete devan nou lavi avèk abondans, oswa lanmò avèk tout sa ki pa bon.
DEU 30:16 Nan tout sa mwen kòmande nou jodi a pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo, epi pou kenbe kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ak jijman Li yo, pou nou kapab viv e miltipliye, e pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan peyi kote nou ap antre pou posede a.
DEU 30:17 Men si kè nou detounen e nou refize obeyi, men nou mennen akote pou adore lòt dye yo e sèvi yo,
DEU 30:18 Mwen deklare a nou jodi a ke nou va vrèman peri. Nou p ap pwolonje jou nou yo nan peyi kote nou ap travèse Jourdain an pou antre posede a.
DEU 30:19 Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo,
DEU 30:20 nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”
DEU 31:1 Konsa Moïse te ale e te pale pawòl sa yo a tout Israël.
DEU 31:2 Li te di yo: “Mwen gen san-ventan daj jodi a. Mwen p ap ka ankò fè antre soti. SENYÈ a te di mwen: ‘Ou p ap travèse Jourdain sila a.’
DEU 31:3 Se SENYÈ a, Bondye nou menm nan, ki va travèse devan nou. Li va detwi nasyon sila yo devan nou e nou va deplase yo. Se Josué ki va travèse devan nou, jan SENYÈ a te pale a.
DEU 31:4 SENYÈ a va fè yo menm jan ke Li te fè a Sihon avèk Og, wa a Amoreyen yo, e a peyi pa yo a, lè Li te detwi yo a.
DEU 31:5 SENYÈ a va livre yo devan nou, e nou va aji avèk yo an akò avèk kòmandman ke mwen menm te kòmande nou yo.
DEU 31:6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.
DEU 31:7 Konsa, Moïse te rele Josué e te di li devan tout Israël: “Kenbe fò, pran kouraj, paske ou va ale avèk pèp sa a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt pa yo pou ba yo a; epi ou va ba yo li kòm eritaj.
DEU 31:8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”
DEU 31:9 Konsa, Moïse te ekri lwa sa a, e li te livre bay li a prèt yo, fis a Lévi yo ki te pote lach akò a SENYÈ a, e a tout ansyen an Israël yo.
DEU 31:10 Moïse te kòmande yo e te di: “Nan fen chak sèt ane, nan sezon ane remisyon dèt nan Fèt Tonèl Yo,
DEU 31:11 lè tout Israël vini pou parèt devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke Li va chwazi a, nou va li lwa sila a devan tout Israël pou yo tout tande l.
DEU 31:12 Rasanble pèp la, gason avèk fanm, ak pitit yo, etranje ki nan vil nou yo, pou yo ka tande aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, epi fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo.
DEU 31:13 Pitit yo ki pa t konnen, va tande e aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou tout tan ke nou viv nan peyi ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.”
DEU 31:14 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, lè pou ou mouri toupre. Rele Josué, e prezante nou menm nan tant asanble a, pou Mwen kapab ba li komisyon li.”
DEU 31:15 SENYÈ a te vin parèt nan tant lan nan yon pilye nwaj e pilye nwaj la te kanpe nan pòtay tant lan.
DEU 31:16 SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a.
DEU 31:17 Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’
DEU 31:18 Men anverite, Mwen va kache figi Mwen nan jou sa a akoz tout mechanste ke yo te fè, paske yo te vire vè lòt dye yo.”
DEU 31:19 “Koulye a, akoz sa, ekri chanson sila a pou nou menm e montre li a fis Israël yo. Mete li sou lèv yo, pou chanson sa a kapab yon temwen pou Mwen kont fis Israël yo.
DEU 31:20 Paske lè Mwen mennen yo antre nan peyi k ap koule avèk lèt avèk siwo myèl la, ke Mwen te sèmante a zansèt pa yo, yo te manje e satisfè, e yo te vin pwospere, alò, yo va vire a lòt dye yo pou sèvi yo, meprize Mwen e kraze akò Mwen an.
DEU 31:21 Epi li va rive ke lè anpil malè avèk twoub vini sou yo, ke chan sa a va fè temwayaj devan yo (paske li p ap bliye pa desandan pa yo); paske Mwen konnen entansyon ke yo ap fòme depi jodi a, avan Mwen mennen yo antre nan peyi ke Mwen te fè sèman pou ba yo a.”
DEU 31:22 Konsa, Moïse te ekri chan sa a nan menm jou a e te montre fis Israël yo li.
DEU 31:23 Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: “Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi mwen va avèk ou.”
DEU 31:24 Li te vin rive ke lè Moïse te fin ekri pawòl a lwa sa yo nan yon liv soti nan kòmansman jiska lafen,
DEU 31:25 ke Moïse te kòmande Levit ki te pote lach akò SENYÈ yo. Li te di:
DEU 31:26 “Pran liv lalwa a e mete li akote lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, pou li kapab rete la kòm yon temwen kont nou.
DEU 31:27 Paske mwen konnen rebelyon nou ak kou rèd nou. Gade byen, pandan mwen toujou vivan avèk nou jodi a, nou te fè rebelyon kont SENYÈ a. Konbyen anplis, konsa, apre mwen fin mouri?
DEU 31:28 Rasanble pou mwen tout ansyen a tribi nou yo ak ofisye nou yo, pou mwen kapab pale pawòl sila yo pou yo tande e rele sou syèl la avèk tè a pou temwaye kont yo.
DEU 31:29 Paske mwen konnen apre lanmò mwen, nou va fè zak konwonpi e vire kite chemen an ke m te kòmande nou an. Epi konsa, malè va swiv nou nan dènye jou yo, paske nou va fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, e pwovoke Li a lakòlè avèk zèv men nou.”
DEU 31:30 Konsa, Moïse te resite pawòl chanson sa a soti nan kòmansman jiska lafen nan zòrèy tout asanble Israël la.
DEU 32:1 “Prete zòrèy nou, O syèl yo; kite mwen pale. Kite tè a tande pawòl a bouch mwen yo.
DEU 32:2 Kite enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli, pawòl mwen yo poze tankou lawouze, tankou ti gout sou zèb fre, ak lapli k ap farinen sou zèb.
DEU 32:3 Paske mwen pwoklame non a SENYÈ a. Bay glwa a Bondye nou an!
DEU 32:4 Wòch la! Zèv Li yo pafè, paske tout chemen li yo jis. Yon Bondye fidèl e san enjistis, dwat e jis ke Li ye.
DEU 32:5 Yo te fè zak konwonpi anvè Li. Yo pa pitit li akoz defo yo. Yon jenerasyon pèvèti e kwochi,
DEU 32:6 se konsa nou rekonpanse SENYÈ a, O pèp ki san konprann e ki san sajès? Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an, ki te fè nou e ki te fòme nou?
DEU 32:7 Sonje jou tan pase yo, konsidere lane a tout jenerasyon yo. Mande papa nou e li va fè nou konnen, ansyen nou yo e yo va di nou.
DEU 32:8 Lè Pi Wo a te bay nasyon yo eritaj yo, lè Li te separe fis a lòm yo, Li te etabli lizyè a tout pèp la Selon kantite a fis Israël yo.
DEU 32:9 Paske pòsyon SENYÈ a se pèp Li a. Jacob se don eritaj Li a.
DEU 32:10 Li te twouve li nan yon peyi dezè, nan savann dezole kote van soufle a. Li te antoure li, Li te pran swen li, Li te pwoteje li tankou de zye nan tèt Li.
DEU 32:11 Tankou yon èg ki anvayi nich li, ki pann sou jenn pitit li yo, Li te ouvri zèl li yo pou te kenbe yo. Li te pote yo anwo plim li.
DEU 32:12 SENYÈ a sèl te gide li. Li pa t gen dye etranje ki te avè l.
DEU 32:13 Li te fè li monte sou wo plas tè yo. Yo te manje pwodwi a chan yo. Li te fè li souse siwo myèl nan wòch la, ak lwil nan wòch ki te di:
DEU 32:14 Bòl lèt a bèf yo ak lèt bann kabrit yo, avèk grès jenn ti mouton yo, Belye a ras Basan yo ak kabrit, Avèk ble ki pi fen yo. Nou te bwè san rezen an, diven an menm nou te bwè.
DEU 32:15 Men Israël te vin gra e te voye pye. Ou vin gra, gwo e swa. Li te abandone Bondye ki te fè l la, e li te meprize Wòch a delivrans li an.
DEU 32:16 Yo te fè Li vin jalou avèk dye etranje yo. Avèk bagay abominab, yo te pwovoke Li a lakòlè.
DEU 32:17 Yo te fè sakrifis a dyab ki pa t Bondye yo, a dye ke yo pa t janm konnen, dye nèf ki fenk parèt, ke zansèt nou yo pa t janm bay lakrent.
DEU 32:18 Nou te neglije Wòch ki te fè nou an, e nou te bliye Bondye ki te bannou nesans lan.
DEU 32:19 SENYÈ a te wè sa e te meprize yo akoz pwovokasyon fis ak fi Li yo.
DEU 32:20 “Alò, Li te di: ‘Mwen va kache figi Mwen sou yo. Mwen va wè kijan yo fini; Paske yo se yon jenerasyon pèvès, fis ki pa fidèl.
DEU 32:21 ‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo. Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo. Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo. Mwen va pwovoke yo a lakòlè avèk yon nasyon ki san konprann.
DEU 32:22 Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen, ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo. Li manje latè a avèk tout don li yo, e limen dife a nan fondasyon mòn yo.
DEU 32:23 Mwen va ogmante gwo pil malè sou yo. Mwen va depanse flèch Mwen sou yo.
DEU 32:24 Mwen va epwize yo ak gwo grangou, e manje yo ak chalè ki brile, e avèk destriksyon anmè. Mwen va voye pami yo bèt voras, avèk pwazon a bèt ki trennen sou vant.
DEU 32:25 Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo, epi pa anndan, gwo laperèz, ni sou jennonm ni vyèj la, tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.
DEU 32:26 Mwen te prèt pou di: “M ap koupe yo an mòso, M ap rache memwa yo soti de lòm,
DEU 32:27 si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an, ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di: “Se men nou ki gen viktwa a. Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’
DEU 32:28 Paske yo se yon nasyon ki manke bon konsèy. Yo san konprann.
DEU 32:29 Pito ke yo te saj, ke yo te konprann sa, ke yo te konprann avni yo!
DEU 32:30 Kijan yon moun ta kapab chase yon milye, pou de sèl grenn fè di mil sove ale, sof ke Wòch pa yo a te vann yo, sof ke SENYÈ a te livre yo bay.
DEU 32:31 Anverite, wòch pa yo a pa tankou Wòch nou an. Menm lènmi nou yo kapab jije sa.
DEU 32:32 Paske rezen pa yo sòti nan rezen Sodome, ak chan yo nan Gomorrhe. Rezen pa yo se rezen pwazon. Grap yo anmè.
DEU 32:33 Diven pa yo se pwazon vipè, pwazon mòtèl koulèv kobra.
DEU 32:34 Èske M pa mete sa nan depo, byen sele nan trezò Mwen?
DEU 32:35 “‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon, nan lè pye yo va glise, Paske jou malè a yo toupre, E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’
DEU 32:36 Paske SENYÈ a va jije pèp Li a. Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo, lè Li wè fòs yo fin disparèt, ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib.
DEU 32:37 Li va di: ‘Kote dye yo ye? Wòch kote yo te pran refij la?
DEU 32:38 Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a, e ki te bwè diven a bwason pa yo a? Kite yo vin bannou sekou! Kite yo fè kote pou nou kache!
DEU 32:39 Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.
DEU 32:40 Anverite, Mwen leve men M vè syèl la E Mwen di: Menm jan ke Mwen viv pou tout tan an,
DEU 32:41 si Mwen file nepe briyan Mwen an, se men M ki kenbe lajistis. Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo, epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.
DEU 32:42 M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san, e nepe Mwen va devore chè avèk san a mò yo ak kaptif yo, k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’
DEU 32:43 Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a, paske L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo. Li va rann vanjans sou advèsè Li yo, e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.”
DEU 32:44 Alò, Moïse te vin pale tout pawòl a chan sila nan zòrèy a pèp la, li menm avèk Josué, fis a Nun nan.
DEU 32:45 Lè Moïse te fin pale tout pawòl sila yo a tout Israël,
DEU 32:46 li te di yo: “Pran a kè nou tout pawòl avèk sila mwen avèti nou jodi a, ke nou va kòmande fis nou yo pou swiv avèk atansyon, tout pawòl a lalwa sila yo.
DEU 32:47 Paske se pa yon bagay pa aza ke yo ye pou nou. Anverite, se lavi nou yo ye. Pa pawòl sila yo, nou va pwolonje vi nou nan tè ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.
DEU 32:48 SENYÈ a te pale avèk Moïse nan menm jou sa a. Li te di:
DEU 32:49 “Monte sou mòn sila nan Abarim nan, Mòn Nebo, ki nan peyi Moab, anfas Jéricho, e gade sou peyi a Canaan an ke Mwen ap bay a fis Israël yo kòm posesyon an.
DEU 32:50 Epi mouri sou mòn nan kote ou monte a pou vin ranmase a zansèt ou yo, jan Aaron te fè sou Mòn Hor a, e te vin ranmase pa pèp li a;
DEU 32:51 akoz ou te peche kont Mwen nan mitan fis Israël yo nan dlo a Meriba-Kadès yo, nan dezè Tsin nan; akoz ou pa t trete Mwen tankou sen nan mitan fis Israël yo.
DEU 32:52 Donk, ou va wè peyi a yon distans, men ou p ap ale la, nan peyi ke Mwen ap bay fis Israël yo.”
DEU 33:1 Alò, sa se benediksyon yo avèk sila Moïse, nonm a Bondye a, li te beni fis Israël yo avan lanmò li.
DEU 33:2 Li te di: “SENYÈ a te sòti nan Sinai, e te parèt sou yo soti nan Séir. Li te briye soti nan Mòn Paran. Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen. Nan men dwat Li, te gen yon lalwa byen cho ki te pou yo.
DEU 33:3 Anverite, Li renmen pèp la. Tout sen li yo nan men Ou. Sou pye Ou, yo tout pwostène. Yo te resevwa pawòl Ou yo.
DEU 33:4 Moïse te pase nou lòd avèk yon lwa, eritaj pou asanble Jacob la.
DEU 33:5 Epi Li te wa an Israël lè tèt a pèp la te rasanble tout tribi a Israël yo ansanm.
DEU 33:6 Ke Ruben viv e pa mouri; ni ke moun li yo pa manke.”
DEU 33:7 Sa se pou Juda: Li te di, “Tande O Israël vwa Juda, e mennen li vè pèp li. Avèk men li, li te lite pou kont li. Ou va bay li soutyen kont advèsè pa li.”
DEU 33:8 A Lévi, li di: Thumim nan avèk Urim nan apatyen a sèvitè fidèl Ou, ou te pase li a leprèv nan Massa, avèk sila ou te goumen nan dlo Meriba yo.
DEU 33:9 Li te di de papa l avèk manman l: “Mwen pa t wè li.” Li pa t rekonèt pwòp frè pa li, ni fis li yo pwiske yo te swiv pawòl Ou e te kenbe akò Ou.
DEU 33:10 Yo va enstwi òdonans Ou yo a Jacob, e lwa Ou a Israël. Yo va mete lansan devan Ou, ak ofrann brile an gwo sou lotèl Ou.
DEU 33:11 O SENYÈ, beni abilite li yo, e beni zèv men li yo. Kase ren a sila ki leve kont li yo, e sila ki rayi li kòmsi pou yo pa leve ankò.
DEU 33:12 A Benjamin, li te di: “Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li, paske Li pwoteje li tout lajounen. Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”
DEU 33:13 A Joseph, li te di: “Peyi li se beni pa SENYÈ a ak lawouze presye ki soti nan syèl la, e avèk dlo pwofon ki anba,
DEU 33:14 pou meyè chwa a solèy la, ak meyè pwodwi lalin nan,
DEU 33:15 pou pi bèl bagay a mòn ansyen yo, pou pi bèl bagay nan kolin yo kap dire nèt,
DEU 33:16 pou pi bèl bagay tè yo ak tout sa ki ladan l, ak favè a Sila ki te demere nan touf bwa brile a. Men kite sa vin parèt sou tèt Joseph la, sou kouwòn a sila ki pi elve pami frè li yo.
DEU 33:17 Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li. Kòn li yo se kòn a bèf mawon. Avèk yo, li va bourade pèp yo, jis a sila a ki nan pwent latè yo. Sila yo se di-mil a Ephraïm yo. Yo se milye a Manassé.”
DEU 33:18 De Zabulon, li te di: “Rejwi, Zabulon lè nou soti, ak Issacar nan tant nou yo.
DEU 33:19 Yo va rele nasyon yo vini nan mòn lan. La, yo va ofri sakrifis ladwati, paske yo va rale abondans lanmè ak trezò ki kache nan sab yo.”
DEU 33:20 De Gad, li te di: “Beni se sila ki fè Gad vin pi gwo; li kouche ba tankou yon manman lyon, pou l dechire bra a oswa tèt la.
DEU 33:21 Premye pati li fè pou kont li, paske pou li, pòsyon gran chèf lalwa a te rezève. Epi li te vini avèk chèf a pèp yo. Li te egzekite jistis a SENYÈ, òdonans Li yo avèk Israël.”
DEU 33:22 De Dan, li te di: “Dan se pòtre a yon lyon ki vòltije sòti nan Basan.”
DEU 33:23 De Nephtali, li te di: “O Nephtali, satisfè avèk favè, ranpli avèk benediksyon SENYÈ a, Kon eritaj, vin pran pati lwès la, ak sid la.”
DEU 33:24 De Aser, li te di: “Pi beni pase fis yo se Aser. Ke li kapab beni pa frè li yo. Ke pye li kapab vin fonse nan lwil.
DEU 33:25 Très cheve ou yo va tankou fè avèk bwonz. Selon kantite jou ou yo, konsa, ou va gen fòs.
DEU 33:26 Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la, ki monte sou syèl yo pou rive ede nou, e ki travèse syèl yo nan majeste Li.
DEU 33:27 Bondye etènèl la se kote pou nou kache. Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan. Li te chase lènmi an devan nou; Li te di: ‘Detwi!’
DEU 33:28 Konsa, Israël viv ansekirite, sous Jacob ki mete apa a, nan yon peyi sereyal avèk diven nèf. Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a.
DEU 33:29 Beni ou ye, O Israël! Kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a ki se nepe a majeste ou? Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.”
DEU 34:1 Alò, Moïse te monte soti plèn Moab pou rive nan Mòn Nebo, jis rive nan pwent Pisga ki anfas Jéricho a. Epi SENYÈ a te montre li tout peyi Galaad la jis rive Dan,
DEU 34:2 epi tout Nephtali avèk peyi Ephraïm ak Manassé ak tout peyi Juda jiska lanmè lwès la,
DEU 34:3 epi Negev avèk plèn nan vale a Jéricho, lavil pye palmis yo, jis rive Tsoar.
DEU 34:4 Alò, SENYÈ a te di li: “Sa se peyi a ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen te di: ‘Mwen va bay li a desandan nou yo’. Mwen te kite ou wè li avèk zye ou, men ou p ap rive ale la.”
DEU 34:5 Konsa, Moïse, sèvitè Bondye a, te mouri la nan peyi Moab, selon pawòl a SENYÈ a.
DEU 34:6 Li te antere li nan vale a nan peyi Moab, anfas Beth-Peor, men okenn moun pa konnen plas antèman li, jis jodi a.
DEU 34:7 Moïse te nan laj san-ventan lè li te mouri an. Zye li pa t fèb, ni fòs li pa t vin febli.
DEU 34:8 Konsa, fis Israël yo te kriye pou Moïse nan plèn Moab yo pandan trant jou jis lè jou kriye avèk doulè pou Moïse te vin fini.
DEU 34:9 Alò, Josué, fis a Nun nan, te ranpli avèk lespri sajès la, paske Moïse te poze men l sou li. Pou sa, fis Israël yo te koute li e te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
DEU 34:10 Depi nan tan sa a, okenn lòt pwofèt pa t vin leve an Israël tankou Moïse, ke SENYÈ a te konnen fasafas,
DEU 34:11 pou tout sign avèk mèvèy ke SENYÈ a te voye li fè nan peyi Égypte la kont Farawon, tout sèvitè li yo avèk tout tèritwa li a,
DEU 34:12 epi pou tout gran pouvwa ak tout gran laperèz ke Moïse te montre devan zye a tout Israël.
JOS 1:1 Alò, li te vin rive ke apre lanmò Moïse, sèvitè SENYÈ a, ke SENYÈ a te pale avèk Josué, fis a Nun nan, sèvitè Moïse la. Li te di:
JOS 1:2 “Moïse, sèvitè Mwen an, gen tan mouri. Pou sa, leve, travèse Jourdain sila a, ou menm avèk tout pèp sa a, nan peyi ke Mwen ap bay a yo menm, a fis Israël yo.
JOS 1:3 “Chak kote ke pla pye ou va pile, Mwen ap ba ou li, jis jan ke Mwen te pale a Moïse la.
JOS 1:4 Soti nan dezè a ak Liban sila a, menm jis rive nan gran rivyè a, Rivyè Euphrate la, tout peyi Etyen an, jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche a va tèritwa pa nou.
JOS 1:5 Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou.
JOS 1:6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.
JOS 1:7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
JOS 1:8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
JOS 1:9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
JOS 1:10 Konsa, Josué te kòmande ofisye pèp yo. Li te di:
JOS 1:11 “Pase nan mitan kan an e kòmande pèp la pou di yo: ‘Prepare pwovizyon nou. Paske nan twa jou, nou va travèse Jourdain sila a, pou antre pran peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou posede a.’”
JOS 1:12 A Ribenit yo avèk Gadit yo ak mwatye tribi Manassé a, Josué te di:
JOS 1:13 “Sonje pawòl ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou, lè l te di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou repo, e Li va bannou peyi sa a.
JOS 1:14 “‘Madanm nou yo, pitit nou yo ak bèt nou yo va rete nan peyi ke Moïse te bannou lòtbò Jourdain an; men nou va travèse devan frè nou yo, prepare an lòd batay la, tout sòlda vanyan nou yo e ou va bay yo soutyen,
JOS 1:15 jiskaske SENYÈ a bay frè nou yo repo, tankou nou, epi yo menm tou, yo posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bay yo a. Epi nan lè sa a, nou va retounen nan pwòp tèren pa nou an, e posede sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bannou lòtbò Jourdain an, vè solèy leve a.’”
JOS 1:16 Yo te reponn Josué e te di: “Tout sa ke ou te kòmande nou, nou va fè l, epi nenpòt kote ke ou voye nou, nou va ale.
JOS 1:17 Jis jan ke nou te obeyi Moïse nan tout bagay la, konsa nou va obeyi ou. Sèlman ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk ou tankou Li te avèk Moïse la.
JOS 1:18 Nenpòt moun ki fè rebèl kont lòd ou, e ki pa obeyi pawòl ou yo nan tout sa ou kòmande li fè yo, li va vin mete a lanmò. Sèlman, kenbe fèm e pran kouraj.”
JOS 2:1 Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.
JOS 2:2 Sa te pale a wa Jéricho a. Yo te di: “Gade byen, de mesye ki sòti nan fis Israël yo te vini isit la lannwit lan pou fè espyon nan peyi a.”
JOS 2:3 Epi wa Jéricho a te voye vè Rahab e te di: “Mete deyò mesye ki te vin kote ou yo, paske yo te vin fè espyon nan peyi a.”
JOS 2:4 Men fanm nan ki te deja pran mesye yo pou kache yo, te di: “Wi, mesye sa yo te vini kote mwen, men mwen pa t konnen kote yo te sòti.
JOS 2:5 Li te vin rive nan lè pou fèmen pòtay yo lè l te fènwa, ke mesye yo sòti deyò. Men mwen pa konnen kote mesye yo te ale. Kouri dèyè yo byen vit! Konsa, ou ka gen tan pran yo.”
JOS 2:6 Men li te vrèman mennen yo anwo galri twati kay la, pou l te kache yo nan pakèt len ke li te mete an lòd sou twati kay la.
JOS 2:7 Konsa, mesye yo te kouri dèyè yo sou wout la pou rive nan lye pou travèse Jourdain an. Depi sila ki t ap pouswiv yo te pati, yo te fèmen pòtay la.
JOS 2:8 Alò, avan yo te kouche, fi a te vin kote yo sou twati a.
JOS 2:9 Epi li te di mesye yo: “Mwen konnen ke SENYÈ a te bannou peyi a, e ke gwo laperèz nou gen tan tonbe sou nou. Tout kouraj abitan peyi a vin fonn e disparèt devan nou.
JOS 2:10 Paske nou te tande jan SENYÈ a te fin seche dlo Lamè Wouj devan nou lè nou te sòti an Égypte la, ak sa nou te fè de wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo, a Sihon ak Og, ke nou te detwi nèt.
JOS 2:11 Lè nou vin tande sa, kè nou te fonn. Pa t gen kouraj ki te rete nan okenn moun ankò akoz nou menm, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a.
JOS 2:12 “Alò, pou sa, souple, sèmante a mwen pa SENYÈ a, paske mwen te aji avèk bon kè anvè nou; ke nou, osi, nou va aji avèk bon kè anvè lakay papa m. Fè mwen yon sèman fidèl,
JOS 2:13 pou konsève lavi papa m avèk manman m, frè m avèk sè m yo avèk tout moun ki pou yo, e livre lavi nou sòti nan lanmò.”
JOS 2:14 Konsa, mesye yo te di l: “Vi pa nou pou vi pa w si ou pa pale zafè nou; epi li va rive ke lè SENYÈ a bannou peyi a, ke nou va aji avèk bon kè, e fidèlman avèk ou.”
JOS 2:15 Konsa, li te fè yo desann nan fenèt la pa yon kòd; paske lakay li a se te sou miray lavil la, kòmsi li t ap viv sou miray la.
JOS 2:16 Li te di yo: “Ale nan peyi kolin yo, pou sila k ap kouri dèyè nou yo pa twouve nou. Kache kò nou la pandan twa jou jiskaske sila k ap kouri dèyè nou yo retounen. Epi apre, nou kapab fè wout nou.”
JOS 2:17 Mesye yo te di li: “Nou p ap responsab sèman ke ou te fè nou fè a,
JOS 2:18 amwenske lè nou antre nan peyi a, ou mare kòd fisèl wouj sa a nan fenèt kote ou te fè nou desann nan. Epi rasanble ou menm nan kay la avèk papa ou ak manman ou, frè ou yo ak tout manm lakay papa ou yo.
JOS 2:19 Li va rive ke nenpòt moun ki ale deyò pòt lakay ou pou antre nan lari a, san li va sou pwòp tèt li e nou va lib de sèman an. Men nenpòt moun ki avèk ou nan kay la, san pa li va sou tèt nou si yon moun men mete sou li.
JOS 2:20 Men si ou pale zafè sa a; alò, nou va vin lib de sèman ke ou te fè nou fè a.”
JOS 2:21 Li te di: “Selon pawòl nou, ke sa vin fèt konsa.” Epi li te voye yo ale. Yo te pati, epi li te mare kòd wouj la nan fenèt la.
JOS 2:22 Yo te pati pou te rive nan peyi kolin yo, e te rete la pandan twa jou jiskaske sila ki t ap pouswiv yo te retounen. Alò, moun ki t ap swiv yo te chache toupatou akote chemen an, men yo pa t twouve yo.
JOS 2:23 Konsa, de mesye sa yo te desann peyi kolin yo pou te travèse rive kote Josué, fis a Nun nan. Yo te pale li tout sa ki te rive yo.
JOS 2:24 Yo te di Josué: “Anverite, SENYÈ a te bannou tout peyi a nan men nou. Anplis, kè tout abitan peyi a tap fonn e disparèt devan nou.”
JOS 3:1 Josué te leve bonè nan maten. Li menm avèk tout fis Israël yo te kite Sittim pou te rive nan Jourdain an, e yo te fè kan avan yo te travèse.
JOS 3:2 Nan fen twa jou, ofisye yo te pase nan mitan kan an.
JOS 3:3 Yo te kòmande pèp la e te di: “Lè nou wè lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, avèk prèt Levit yo k ap pote li, alò, nou va sòti nan plas nou pou swiv li.
JOS 3:4 Sepandan, va gen antre nou ak li yon distans anviwon de mil koude (3,000 pye) pa mezi. Pa vin pi prè li, pou nou kapab konnen chemen ke nap pran, paske nou pa t janm fè wout sa a avan.”
JOS 3:5 Konsa, Josué te di a pèp la: “Konsakre tèt nou; paske demen SENYÈ a va fè mèvèy yo nan mitan nou.”
JOS 3:6 Josué te pale avèk prèt yo e te di: “Vin leve lach akò a pou travèse lòtbò a avan pèp la.”
JOS 3:7 Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Jou sa a, Mwen va kòmanse egzalte ou nan zye tout Israël la, pou yo kapab konnen ke menm jan ke M te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou.
JOS 3:8 Anplis, ou va kòmande prèt k ap pote lach akò a e di yo: ‘Lè nou rive arebò dlo yo nan Jourdain an, nou va rete kanpe nan dlo Jourdain an.’”
JOS 3:9 Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Vin la pou koute pawòl a SENYÈ a, Bondye nou an.”
JOS 3:10 Josué te di: “Pa sa nou va konnen ke Bondye vivan an pami nou e ke Li va, anverite, deplase soti devan nou Kananeyen an, Etyen an, Evyen an, Ferezyen an, Gigazyen an, Amoreyen an ak Jebizyen an.
JOS 3:11 Gade byen, lach akò SENYÈ a tout latè a ap travèse devan nou antre nan Jourdain an.
JOS 3:12 “Alò, pou sa, pran pou nou menm douz mesye soti nan tribi Israël la, yon nonm pou chak tribi.
JOS 3:13 Li va rive ke lè pla pye a prèt ki pote lach SENYÈ a, SENYÈ tout latè a, poze nan dlo a Jourdain an, dlo Jourdain an va koupe, e dlo k ap kouri desann soti anwo yo va rete fè yon pil.”
JOS 3:14 Pou sa, lè pèp la kite tant pa yo pou travèse Jourdain an avèk prèt k ap pote lach akò a devan pèp la,
JOS 3:15 epi lè sila ki te pote lach la te antre nan Jourdain an, epi depi pye a prèt k ap pote lach la te tanmen fonse bò dlo a; (paske Jourdain an toujou depase rivaj li yo pandan tout sezon rekòlt la),
JOS 3:16 dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.
JOS 3:17 Prèt yo ki t ap pote lach akò SENYÈ a te kanpe fèm sou tè sèk nan mitan Jourdain an pandan tout Israël t ap travèse sou tè sèk, jiskaske tout nasyon an te fin travèse Jourdain an.
JOS 4:1 Alò, lè tout nasyon an te fin travèse Jourdain an, SENYÈ a te pale avèk Josué. Li te di:
JOS 4:2 “Pran pou nou menm douz mesye pami pèp la, yon mesye ki soti nan chak tribi.
JOS 4:3 Kòmande yo e di: ‘Ranmase pou kont nou douz wòch soti isit la nan mitan Jourdain an, soti nan plas kote pye prèt la ap kanpe fèm nan. Pote yo janbe avèk nou, e poze yo nan plas lojman kote nou va dòmi aswè a.’”
JOS 4:4 Konsa, Josué te rele douz mesye ke li te chwazi soti nan fis Israël yo, yon mesye nan chak tribi,
JOS 4:5 epi Josué te di yo: “Travèse ankò vè lach SENYÈ a, Bondye nou an, pou rive nan mitan Jourdain an e nou chak pran yon wòch sou zepòl li, selon nonb a tribi a fis Israël yo.
JOS 4:6 Ke sa sèvi kòm yon sign pami nou, jis pou lè pitit nou yo mande pita e di: ‘Kisa wòch sa yo vle di a nou menm’?
JOS 4:7 Alò nou va di yo: ‘Akoz dlo Jourdain yo te koupe devan lach akò SENYÈ a. Lè lach la te travèse Jourdain an, dlo Jourdain yo te koupe. Pou sa, wòch sa yo va sèvi kòm yon souvni pou fis Israël yo pou tout tan.’”
JOS 4:8 Konsa, fis Israël yo te fè jan Josué te kòmande yo a. Yo te leve pran douz wòch yo nan mitan Jourdain an, jan SENYÈ a te pale a Josué a, selon nonb a tribi a fis Israël yo, epi yo te pote yo janbe avèk yo pou rive nan plas lojman an e te poze yo la.
JOS 4:9 Epi Josué te poze douz wòch yo nan mitan Jourdain an nan plas kote pye a prèt yo ki te pote lach akò a te kanpe. Yo la, jis jodi a.
JOS 4:10 Paske prèt yo ki te pote lach la te kanpe nan mitan Jourdain an jiskaske tout bagay ke SENYÈ a te kòmande Josué pou pale a pèp la te fini, selon tout sa ke Moïse te kòmande Josué yo. Konsa, pèp la te fè vit travèse.
JOS 4:11 Lè tout pèp la te fin travèse, lach SENYÈ a avèk prèt yo te travèse nan prezans a pèp la.
JOS 4:12 Fis Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te janbe abiye e prepare pou fè lagè devan fis Israël yo, jis jan ke Moïse te pale yo a.
JOS 4:13 Anviwon karant mil mesye, prèt pou batay, te travèse devan SENYÈ a vè plèn dezè a Jéricho a.
JOS 4:14 Nan jou sa a, SENYÈ a te egzalte Josué nan zye a tout Israël; jis pou yo genyen l respè avèk lakrent, jis jan ke yo te gen respè avèk lakrent pou Moïse pandan tout jou ke li te viv yo.
JOS 4:15 Alò SENYÈ a te di a Josué:
JOS 4:16 “Kòmande prèt ki pote lach akò a pou monte kite Jourdain an.”
JOS 4:17 Konsa, Josué te kòmande prèt yo. Li te di: “Monte soti nan Jourdain an.”
JOS 4:18 Li te vin rive ke lè prèt ki te pote lach SENYÈ yo te kite mitan Jourdain an, e pla pye yo te monte sou tè sèk, dlo Jourdain an te retounen nan plas li e te depase rivaj yo kòm avan an.
JOS 4:19 Konsa, pèp la te monte kite Jourdain an nan dizyèm jou a premye mwa a, epi yo te fè kan nan Guilgal akote lès Jéricho.
JOS 4:20 Douz wòch sa yo ke yo te pran nan Jourdain an, Josué te monte nan Guilgal.
JOS 4:21 Li te di a fis Israël yo: “Lè pitit nou yo mande papa yo nan tan k ap vini yo, e di: ‘Kisa wòch sa yo ye?’
JOS 4:22 Alò, nou va eksplike pitit nou yo pou di: ‘Israël te travèse Jourdain sila a sou tè sèk’.
JOS 4:23 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, te seche dlo Jourdain yo devan nou jiskaske nou te fin travèse, jis jan ke Li te fè nan Lamè Wouj la, ke Li te seche devan nou jiskaske nou te fin travèse a,
JOS 4:24 pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke men SENYÈ a pwisan, pou nou kapab gen lakrent SENYÈ a pou tout tan.”
JOS 5:1 Alò, li te vin rive ke lè tout wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo vè lwès ak tout wa Canaran akote lanmè yo, te tande jan SENYÈ a te seche dlo Jourdain an devan fis Israël yo jiskaske yo te travèse, ke kè yo te fonn, e yo pa t gen kouraj nan yo ankò akoz fis Israël yo.
JOS 5:2 Nan tan sa a, SENYÈ a te di a Josué: “Fè pou ou menm kouto avèk silèks e sikonsi ankò fis Israël yo pou dezyèm fwa a.”
JOS 5:3 Konsa, Josué te fè pou kont li kouto avèk silèks e te sikonsi fis Israël yo nan Gilbreath-Araloth.
JOS 5:4 Men rezon pou sila Josué te sikonsi yo a: tout pèp la ki te sòti an Égypte nan gason yo, tout mesye lagè yo, te mouri nan dezè a nan wout lè yo fin kite Égypte.
JOS 5:5 Paske tout mesye ki te sòti yo te sikonsi, men tout mesye ki te fèt nan dezè a nan wout la pandan yo sòti an Égypte la pa t ankò sikonsi.
JOS 5:6 Paske fis Israël yo te mache karantan nan dezè a, jis tout nasyon an, mesye lagè ki te sòti an Égypte yo, te peri akoz yo pa t koute vwa SENYÈ a, a sila SENYÈ a te sèmante ke Li pa t ap kite yo wè peyi ke SENYÈ a te sèmante bay zansèt pa yo pou bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
JOS 5:7 Timoun ke Li te vin leve pou ranplase yo, Josué te sikonsi yo. Paske yo pa t sikonsi akoz ke yo pa t sikonsi yo nan wout la.
JOS 5:8 Alò, lè yo te fin sikonsi tout nasyon an, yo te rete nan plas yo nan kan an jiskaske yo te fin geri.
JOS 5:9 Epi SENYÈ a te di a Josué: “Jodi a, Mwen te woule fè sòti wont a Égypte la sou nou menm.” Konsa, jis jodi a, yo rele plas sa a Guilgal.
JOS 5:10 Pandan fis Israël yo te rete Guilgal, yo te obsève Pak la nan lannwit katòzyèm jou nan mwa a nan plèn dezè a Jéricho a.
JOS 5:11 Nan jou apre Pak la, nan menm jou sa a, yo te manje kèk nan pwodwi tè yo, gato san ledven ak sereyal griye.
JOS 5:12 Lamàn te sispann nan jou apre yo te manje kèk nan pwodwi tè yo. Konsa, fis Israël yo pa t gen lamàn ankò, men yo te manje nan donn tè Canaran an pandan ane sa a.
JOS 5:13 Alò, li te rive ke lè Josué te toupre Jéricho, li te leve zye li anwo e te gade, vwala, yon nonm te kanpe anfas li avèk nepe li rale nan men l. Josué te pwoche l, e li te di li: “Èske ou pou nou oswa kont nou?”
JOS 5:14 Li te reponn: “Non; olye de sa, anverite mwen vini koulye a kòm kapitèn a lame SENYÈ a.” Konsa, Josué te tonbe atè sou figi li. Li te adore l e te di li: “Kisa mèt mwen an gen pou di a sèvitè li?”
JOS 5:15 Kapitèn a lame SENYÈ a te di a Josué: “Retire sapat ou nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a sen.” Epi Josué te fè l.
JOS 6:1 Alò, Jéricho te byen sere pa fis Israël yo. Pèsòn pa t sòti ni antre.
JOS 6:2 SENYÈ a te di a Josué: “Gade, Mwen te livre Jéricho nan men ou, avèk wa li ak gèrye vanyan li yo.
JOS 6:3 Mache antoure vil la avèk tout mesye lagè nou yo pou l tou ansèkle li yon fwa. Ou va fè sa pandan si jou.
JOS 6:4 Anplis, sèt prèt va pote sèt twonpèt fèt ak kòn belye devan lach la. “Konsa, nan setyèm jou a, nou va mache antoure vil la sèt fwa e prèt yo va soufle twonpèt yo.
JOS 6:5 Li va vin rive ke lè yo fè yon gwo son avèk kòn belye a, lè nou tande son twonpèt la, tout pèp la va rele fò avèk yon gwo bri; epi miray vil la va tonbe plat e pèp la va monte, chak moun tou dwat.”
JOS 6:6 Konsa, Josué, fis a Nun nan, te rele prèt yo. Li te di yo: “Pran lach akò a, e kite sèt prèt yo pote sèt twonpèt yo fèt avèk kòn belye yo devan lach SENYÈ a.”
JOS 6:7 Yo te di a pèp la: “Ale devan, mache antoure vil la e kite mesye ak zam yo ale devan lach SENYÈ a.”
JOS 6:8 Li te vin rive ke lè Josué te pale avèk pèp la, sèt prèt ki t ap pote sèt twonpèt a kòn belye yo devan SENYÈ a te avanse, e te soufle twonpèt yo, epi lach akò SENYÈ a te swiv yo.
JOS 6:9 Mesye avèk zam yo te ale devan prèt ki tap soufle twonpèt yo, epi gad aryè a te swiv lach la, pandan yo te kontinye ap soufle twonpèt yo.
JOS 6:10 Men Josué te kòmande pèp la e te di: “Nou pa pou rele, ni kite yo tande vwa nou menm. Ni pa kite yon mo sòti nan bouch nou, jis rive jou ke m di nou: ‘Rele fò!’ Alò, nan moman sa a, nou va rele fò!”
JOS 6:11 Konsa, li te fè lach SENYÈ a antoure vil la ansèkle l yon fwa. Konsa, yo te rantre nan kan an, e yo te pase nwit lan la nan kan an.
JOS 6:12 Alò, Josué te leve granmmaten, e prèt yo te leve pran lach SENYÈ a.
JOS 6:13 Sèt prèt ki te pote sèt twonpèt kòn belye yo devan lach SENYÈ a, te kontinye san rete e te soufle twonpèt yo. Mesye avèk zam yo te ale devan yo, e gad an aryè yo te swiv lach SENYÈ a, pandan yo te kontinye ap soufle twonpèt yo.
JOS 6:14 Konsa, nan dezyèm jou a, yo te mache antoure vil la yon fwa e te retounen nan kan an. Yo te fè konsa pandan si jou.
JOS 6:15 Alò, nan setyèm jou a, yo te leve bonè avan jou, e te mache antoure vil la menm jan an sèt fwa. Sèl nan jou sa a, yo te mache antoure vil la sèt fwa.
JOS 6:16 Nan setyèm fwa a, lè prèt yo te soufle twonpèt yo, Josué te di a pèp la: “Rele fò!” Paske SENYÈ a gen tan bannou vil la.
JOS 6:17 “Vil la va vin dedye anba ve, li menm avèk tout sa ki ladann se pou SENYÈ a. Sèl Rahab, pwostitiye a ak tout moun ki avè l nan kay la va viv, akoz li te kache mesaje ke nou te voye yo.
JOS 6:18 “Men pou nou menm, sèlman kenbe tèt nou apa pou pa fè bagay sa yo ki anba ve pou detwi, pou nou pa anvi yo e pran kèk bagay ki anba ve a, pou fè kay Israël la vin modi pou gwo pwoblèm vin sou li.
JOS 6:19 Men tout ajan avèk lò, zafè an bwonz ak fè, sen a SENYÈ a. Yo va antre nan trezò SENYÈ a.”
JOS 6:20 Alò, pèp la te rele fò, prèt yo te soufle twonpèt yo. Lè pèp la te tande son twonpèt la, yo te rele fò avèk yon gwo kri, epi miray la te tonbe plat. Epi konsa, pèp la te antre nan vil la, tout mesye toudwat pou yo te pran vil la.
JOS 6:21 Yo te detwi tout bagay nan vil la nèt; ni gason, ni fanm, jèn kon granmoun, ni bèf, ni mouton, ni bourik, pa lam nepe.
JOS 6:22 Josué te di a de mesye ki te fè espyonaj peyi yo: “Antre lakay pwostitiye a e mete fanm nan avèk tout sa li genyen deyò, jan nou te pwomèt li a.”
JOS 6:23 Konsa, jennonm ki te espyon yo te antre. Yo te mennen Rahab deyò avèk papa l ak manman l, frè li yo avèk tout sa li te genyen. Anplis, yo te mete deyò tout fanmi li yo e te plase yo deyò kan Israël la.
JOS 6:24 Yo te brile vil la avèk dife ak tout sa ki ladann. Sèlman ajan avèk lò avèk tout bagay ki te fèt an bwonz ak fè, yo te mete yo nan trezò kay SENYÈ a.
JOS 6:25 Sepandan, Rahab, pwostitiye a, avèk tout kay papa l ak tout sa li te genyen, Josué te konsève yo. Epi li te viv nan mitan Israël jis rive jodi a, paske li te kache mesaje ke Josué te voye pou fè espyonaj Jéricho yo.
JOS 6:26 Konsa, Josué te pase lòd sèman an nan lè sa a. Li te di: “Modi devan SENYÈ a se sila ki leve pou rebati vil sa a, Jéricho. Avèk pèt premye ne li yo, li va poze fondasyon li; avèk pèt denyè ne li yo, li va monte pòtay li yo.”
JOS 6:27 SENYÈ a te avèk Josué e li te vin byen rekonèt nan tout peyi a.
JOS 7:1 Men fis Israël yo te aji avèk movèz fwa nan bagay ki te dedye anba ve yo; paske Acan, fis a Carmi a, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a, te pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Pou sa, chalè SENYÈ a te brile kont fis Israël yo.
JOS 7:2 Alò, Josué te voye mesye sòti Jéricho yo vè Aï, ki toupre Beth-Aven an, nan lès a Bethel la. Li te di yo: “Ale monte e fè espyonaj peyi a.” Konsa, mesye yo te monte pou te fè espyonaj Aï.
JOS 7:3 Yo te retounen a Josué e te di li: “Pa kite tout pèp la monte; sèlman de oswa twa mil mesye bezwen monte Aï. Pa fè tout pèp la fòse fè efò a, paske yo pa anpil.”
JOS 7:4 Konsa, anviwon twa mil mesye ki sòti nan pèp la te monte; men yo te sove ale devan mesye Aï yo.
JOS 7:5 Mesye Aï yo te frape yo, mete ba anviwon trann-sis nan mesye yo. Yo te kouri dèyè yo soti nan pòtay la jis rive Schebarim pou te frape yo, mete yo ba pandan yo t ap desann, jiskaske kè pèp la te fonn e te vin tankou dlo.
JOS 7:6 Josué te chire rad li, e te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a, jis rive nan aswè, ni li menm avèk ansyen a Israël yo. Epi yo te mete pousyè sou tèt yo.
JOS 7:7 Josué te di: “Ay, O SENYÈ Bondye, poukisa Ou te janmen mennen pèp sila a travèse Jourdain an pou livre yo nan men a Amoreyen yo, pou detwi nou? Si sèlman, nou ta dakò rete lòtbò Jourdain an!
JOS 7:8 O SENYÈ, kisa mwen kapab di lòske Israël te vire do yo devan lènmi yo?
JOS 7:9 Paske Canaran avèk tout abitan peyi a va tande sa. Yo va antoure nou e efase non nou sou tè a. Epi kisa Ou va fè pou lonè gran non Ou?”
JOS 7:10 Konsa, SENYÈ a te di a Josué: “Leve ou menm! Poukisa ou te tonbe sou figi ou?
JOS 7:11 Israël te peche. Yo te anplis, fè transgresyon akò ke Mwen te kòmande yo a. Wi, yo te menm pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Yo te vòlè ak twonpe. Anplis, yo te mete yo pami pwòp afè pa yo.
JOS 7:12 Pou sa, fis Israël yo pa kapab kanpe devan lènmi yo. Yo vire do yo devan lènmi yo, paske yo te vin modi. Mwen p ap avèk nou ankò amwenske nou detwi bagay ki anba ve soti nan mitan nou yo.
JOS 7:13 “Leve ou menm! Konsakre pèp la e di: ‘Konsakre nou menm pou demen. Paske konsa, SENYÈ a, Bondye Israël la te di: “Gen bagay ki anba ve a nan mitan nou, O Israël. Ou pa kapab kanpe devan lènmi ou yo jiskaske ou retire bagay ki anba ve yo soti nan mitan ou.”’”
JOS 7:14 “Nan maten, alò, ou va vin toupre tribi ou yo. Epi li va fèt ke tribi ke SENYÈ a pran pa tiraj osò a va apwoche pa fanmi. Epi fanmi ke SENYÈ a pran an va apwoche pa kay yo. Epi kay ke SENYÈ a pran an va pwoche moun pa moun.
JOS 7:15 Li va fèt ke sila ki pran bagay ki anba ve a va brile avèk dife, li menm avèk tout sa ki pou li, akoz li te transgrese akò SENYÈ a, e akoz li te fè yon gwo wont an Israël.”
JOS 7:16 Konsa, Josué te leve bonè nan maten e te fè Israël pwoche pa tribi. Tribi Juda a te pran.
JOS 7:17 Li te fè fanmi Juda pwoche; li te pran fanmi Zérarit yo. Li te fè fanmi Zérarit la pwoche moun pa moun e Zabdi te pran.
JOS 7:18 Li te fè fanmi lakay li pwoche, moun pa moun, epi Acan, fis a Carmi, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a te pran.
JOS 7:19 Epi Josué te di Acan: “Fis mwen, souple, bay glwa a SENYÈ a, Bondye a Israël la, epi konfese a Li menm. Di mwen koulye a sa ou te fè a. Pa kache li de mwen.”
JOS 7:20 Konsa, Acan te reponn Josué e te di: “Anverite, mwen te peche kont SENYÈ a, Bondye a tout Israël la; men sa mwen te fè a:
JOS 7:21 Lè mwen te wè nan piyaj la yon bèl manto ki sòti Schinear ak de san sik ajan, yon ba lò a pèz senkant sik, alò, mwen te anvi yo e te pran yo. Epi gade byen, yo kache nan tè anndan tant mwen an avèk ajan an anba li.”
JOS 7:22 Konsa, Josué te voye mesaje yo. Yo te kouri vè tant lan, epi veye byen, li te kache nan tant li an avèk ajan an anba li.
JOS 7:23 Yo te pran yo soti anndan tant lan, epi yo te pote yo vè Josué avèk tout fis Israël yo pou yo te vide yo devan SENYÈ a.
JOS 7:24 Epi Josué ak tout Israël avèk li te pran Acan, fis a Zérach la, ajan an, manto a, ba lò a, fis li yo, fi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton li yo, tant li ak tout sa ki te pou li; epi yo te mennen yo monte nan vale Acor a.
JOS 7:25 Josué te di: “Poukisa ou te twouble nou? Jodi a, SENYÈ a va twouble ou.” Konsa, tout Israël te lapide yo avèk kout wòch. Epi yo te brile yo avèk dife lè yo te fin lapide yo avèk kout wòch.
JOS 7:26 Yo te fè leve sou li yon gwo pil wòch ki kanpe jis rive jodi a. Epi SENYÈ a te vire kite gwo chalè kòlè Li a. Pou sa, non a plas sa a te vin rele Vale Acan jis rive jodi a.
JOS 8:1 Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè, ni dekouraje. Pran tout moun lagè yo avèk ou e leve, monte vè Aï. Ou wè, Mwen te mete nan men ou wa Aï a, pèp li a, vil li a ak peyi li a.
JOS 8:2 Ou va fè a Aï ak tout wa li a menm jan ke ou te fè Jéricho avèk wa li a. Sèlman, ou va pran pou ou menm kòm piyaj, bèt li yo kòm byen nou sezi pou nou menm. Òganize yon anbiskad pou vil la pa dèyè li.”
JOS 8:3 Epi Josué te leve avèk tout moun lagè yo pou monte Aï. Josué te chwazi trant mil mesye, gèrye vanyan, e li te voye yo sòti nan lannwit lan.
JOS 8:4 Li te kòmande yo, e te di: “Gade, nou ap fè anbiskad vil la soti pa dèyè li. Pa sòti lwen vil la men nou tout, mete nou touprè.
JOS 8:5 “Mwen menm avèk tout moun ki avè m yo, nou va apwoche vil la. Epi lè yo sòti deyò pou rankontre nou kòm yon premye fwa, nou va sove ale devan yo.
JOS 8:6 Yo va sòti pou kouri dèyè nou jiskaske nou pati kite vil la, paske yo va di: ‘Y ap sove ale devan nou tankou premye fwa a.’ Konsa, nou va sove ale devan yo.
JOS 8:7 Epi nou va leve anbiskad nou e pran posesyon vil la; paske SENYÈ a, Bondye nou an, va livre li nan men nou.
JOS 8:8 Alò, li va rive lè nou fin sezi vil la, ke nou va mete dife nan vil la. Nou va fè li selon pawòl SENYÈ a. Nou wè, mwen te kòmande nou an.”
JOS 8:9 Konsa, Josué te voye yo ale. Yo te ale nan plas anbiskad la, e yo te rete antre Béthel avèk Aï, nan lwès a Aï; men Josué te pase nwit lan pami moun yo.
JOS 8:10 Alò, Josué te leve bonè nan maten, e li te rasanble pèp la, epi li te monte avèk ansyen Israël yo devan pèp la pou ale Aï.
JOS 8:11 Tout moun lagè ki te avèk li yo te monte vin toupre. Yo te rive devan vil la, e te fè kan an sou akote nò toupre Aï a. Koulye a te gen yon vale antre yo menm avèk Aï.
JOS 8:12 Li te pran anviwon senk mil mesye, e li te plase yo an anbiskad antre Béthel avèk Aï nan kote lwès vil la.
JOS 8:13 Konsa, yo te pozisyone moun yo, tout lame ki te nan kote nò vil la ak gad an aryè nan kote lwès vil la. Josué te antre pandan nwit sa a nan mitan vale a.
JOS 8:14 Li te vin rive ke lè wa Aï a te wè sa, mesye lavil yo te kouri leve bonè pou sòti rankontre Israël nan batay la, li menm avèk tout pèp li a nan plas chwazi a devan plèn dezè a. Men li pa t konnen ke te gen yon anbiskad kont li dèyè vil la.
JOS 8:15 Josué avèk tout Israël te fè pòz kòmsi yo te fin bat devan yo e yo te sove ale pa chemen dezè a.
JOS 8:16 Tout pèp ki te nan vil la te rele ansanm pou kouri dèyè yo. Konsa, yo te kouri dèyè Josué e li te rale yo soti kite vil la.
JOS 8:17 Konsa, pa t gen yon gason ki rete nan Aï ni Béthel, yo te kite vil la san gade pou te kouri dèyè Israël.
JOS 8:18 Epi SENYÈ a te di a Josué: “Lonje lans ki nan men ou an vè Aï; paske Mwen va ba ou li.” Konsa, Josué te lonje lans ki te nan men l lan vè vil la.
JOS 8:19 Mesye nan anbiskad yo te leve vit nan plas yo, epi lè li te lonje men l, yo te kouri antre nan vil la pou te kaptire li. Byen vit, yo mete dife nan vil la.
JOS 8:20 Lè mesye Aï yo te gade an aryè, vwala, lafimen vil la te vin leve rive jis nan syèl la. Konsa, yo pa t gen kote pou sove ale, ni isit, ni la, paske moun ki t ap sove ale vè dezè yo te vire kont sila ki t ap swiv yo.
JOS 8:21 Lè Josué avèk tout Israël te wè ke fòs anbiskad la te kaptire vil la, e ke lafimen te monte, yo te vire retounen pou touye mesye Aï yo.
JOS 8:22 Lòt yo nan vil la te sòti pou rankontre yo. Men yo te kwense nan mitan Israël, yon pati bò isit ak yon pati bò laba, epi yo te touye yo jis pèsòn pa t rete nan sila ki te chape sove ale yo.
JOS 8:23 Yo te pran wa Aï a vivan e yo te mennen li kote Josué.
JOS 8:24 Alò, lè Israël te fin touye tout abitan Aï yo nan chan dezè a kote yo te kouri dèyè yo, e yo tout te tonbe pa lam nepe jiskaske yo te detwi nèt, alò, tout Israël te retounen Aï pou te frape li avèk lam nepe.
JOS 8:25 Tout moun ki te tonbe nan jou sa a, ni lòm ni fanm te douz mil—tout se moun Aï.
JOS 8:26 Paske Josué pa t desann men l ki te toujou lonje ak lans lan jiskaske li te fin detwi nèt tout moun ki rete Aï yo.
JOS 8:27 Israël te pran sèlman bèt avèk byen sezi a kòm piyaj pa yo, selon pawòl ke SENYÈ a te kòmande Josué a.
JOS 8:28 Konsa, Josué te brile Aï. Li te fè li tounen yon pil ranblè jis pou tout tan, yon kote ki dezole jis rive jodi a.
JOS 8:29 Li te pann wa Aï a sou yon bwa jis rive nan aswè. Lè solèy la te kouche , Josué te bay lòd pou yo te retire kò li nan bwa a pou te jete li nan antre pòtay vil la, e leve sou li yon gwo pil gwo wòch ki kanpe jis jodi a.
JOS 8:30 Konsa, Josué te bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye a Israël la, nan Mòn Ébal.
JOS 8:31 Li te fèt jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande fis Israël yo, jan sa ekri nan liv lalwa Moïse la, yon lotèl avèk wòch ki pa taye, sou sila okenn mesye pa voye yon zouti fè. Yo te ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè yo.
JOS 8:32 Josué te ekri la sou wòch yo yon kopi lalwa Moïse la. Li te ekri l nan prezans a fis Israël yo.
JOS 8:33 Tout Israël avèk ansyen yo ak ofisye yo ak jij yo te kanpe sou toude kote lach la devan prèt Levit ki te pote lach akò SENYÈ a, etranje kon natif. Mwatye nan yo te kanpe devan Mòn Garizim e mwatye nan yo devan Mòn Ébal, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay kòmand nan oparavan an, pou beni pèp Israël la.
JOS 8:34 Epi apre, li te li tout pawòl lalwa yo, benediksyon yo avèk malediksyon yo, selon tout sa ki ekri nan liv lalwa a.
JOS 8:35 Pa t gen menm yon mo nan tout sa ke Moïse te kòmande yo ke Josué pa t li devan tout asanble Israël la, avèk fanm ak pitit yo ak etranje ki te rete pami yo.
JOS 9:1 Alò, lè tout wa ki te lòtbò Jourdain nan peyi kolin yo, nan peyi ba plèn ak nan tout kot Gran Lamè a bò kote Liban, Etyen an, avèk Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an Evyen an ak Jebizyen an te tande koze sa,
JOS 9:2 yo te reyini ansanm avèk yon sèl bi pou goumen avèk Josué e avèk Israël.
JOS 9:3 Lè pèp la nan Gabaon te tande sa ke Josué te fè ak Jéricho avèk Aï,
JOS 9:4 yo menm, osi, yo te aji avèk riz. Yo te pati kòm reprezantan a pèp la. Yo te mete vye makout sou bourik yo, avèk ansyen kwi diven epwize ki te chire e rekoud,
JOS 9:5 avèk sapat ki te epwize e ranje nan pye yo, rad epwize sou yo menm avèk sèlman pen sèk e menm kanni.
JOS 9:6 Yo te ale kote Josué nan kan an nan Guilgal, e yo te di a li menm avèk mesye Israël yo: “Nou sòti nan yon peyi byen lwen. Konsa, fè yon akò avèk nou.”
JOS 9:7 Mesye Israël yo te di a Evyen yo: “Petèt ou rete touprè nou: donk, kijan nou kap fè akò avèk ou?”
JOS 9:8 Men yo te di Josué: “Nou se sèvitè ou.” Alò, Josué te di yo: “Ki moun nou ye e kibò nou sòti?”
JOS 9:9 Yo te di li: “Sèvitè ou yo te sòti nan yon peyi byen lwen, akoz repitasyon a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nou te tande rapò a Li menm ak tout sa ke Li te fè an Égypte yo,
JOS 9:10 ak tout sa Li te fè a wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, a Sihon, wa Hesbon an ak Og, wa Basan an, ki te Ashtaroth.
JOS 9:11 Pou sa, tout ansyen nou yo avèk tout abitan a peyi nou yo te pale nou e te di: ‘Mete pwovizyon nan men nou pou vwayaj la. Ale rankontre yo e di yo: “Nou se sèvitè ou; alò, fè yon akò avèk nou.”’
JOS 9:12 Sa se pen nou e li te cho lè nou te pran li pou pwovizyon nou e sòti lakay nou nan jou ke nou te pati pou vin kote ou a, men koulye a, gade, li rasi.
JOS 9:13 Kwi diven sa yo lè nou te plen yo, yo te tounèf; epi gade, yo vin chire. Epi rad nou avèk sapat nou epwize akoz vwayaj la ki te tèlman long.”
JOS 9:14 Konsa, mesye Israël yo te aksepte pran nan pwovizyon yo, e yo pa t mande SENYÈ a konsèy.
JOS 9:15 Josué te fè lapè avèk yo. Li te fè yon akò avèk yo pou lese yo viv, epi dirijan kongregasyon an te sèmante yon ve ak yo.
JOS 9:16 Li te vin rive nan fen twa jou yo, lè yo te fin fè akò avèk yo, ke yo te tande ke yo te vwazen ki te rete nan peyi yo.
JOS 9:17 Alò, fis Israël yo te deplase, e te vin kote vil yo a nan twazyèm jou a. Vil yo te: Gabaon, Kephira, Beéroth ak Kirjath-Jearim.
JOS 9:18 Fis Israël yo pa t frape yo akoz dirijan kongregasyon an te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye a tout Israël la. Epi tout kongregasyon an te plenyen kont dirijan yo.
JOS 9:19 Men tout dirijan yo te di a tout kongregasyon an: “Nou te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye Israël la. Koulye a, nou pa kapab touche yo.
JOS 9:20 Men kisa nou va fè yo; kite yo viv pou kòlè pa vin sou nou pou ve ke nou sèmante a yo a.”
JOS 9:21 Dirijan yo te di a yo menm: “Kite yo viv.” Konsa, yo te vin moun ki pou koupe bwa ak rale dlo pou tout kongregasyon an, jis jan ke dirijan yo te pale yo a.
JOS 9:22 Epi Josué te rele yo pou te pale avèk yo. Li te di: “Poukisa nou te twonpe nou, e di: ‘Nou lwen nou,’ lè vrèman nou ap viv nan mitan peyi nou an?
JOS 9:23 Koulye a, pou sa, nou modi e nou p ap janm sispann jwe wòl kòm esklav, ni pou koupe bwa ni pou rale dlo pou kay Bondye mwen an.”
JOS 9:24 Alò, yo te reponn Josué e te di: “Akoz li te, anverite, pale a sèvitè ou yo, jan SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande sèvitè li, Moïse, pou ba ou tout peyi a, e pou detwi tout pèp ki rete nan peyi a devan ou. Konsa, nou te fè gwo perèz pou lavi nou akoz de ou, e nou te fè bagay sa a.
JOS 9:25 Alò, gade, nou nan men ou. Fè avèk nou sa ki sanble bon e jis nan zye ou pou fè nou.”
JOS 9:26 Se konsa, li te fè yo, e te livre yo nan men a fis Israël yo pou yo pa t touye yo.
JOS 9:27 Men Josué te bay yo ransèyman soti nan menm jou sa a, kòm moun ki koupe bwa ak rale dlo pou kongregasyon an ak lotèl SENYÈ a, jis rive nan jou sila, nan plas ke Li ta chwazi a.
JOS 10:1 Alò, li te vin rive ke lè Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te tande ke Josué te kapte Aï e te detwi li nèt (jis jan ke li te fè Jéricho avèk wa li a, konsa li te fè Aï avèk wa li a), e ke pèp Gabaon an te fè lapè avèk Israël e yo te rete nan mitan yo,
JOS 10:2 ke li te vin pè anpil, akoz Gabaon te yon gran vil tankou youn nan vil wayal yo, epi akoz li te pi gran ke Aï e tout gason li yo te pwisan.
JOS 10:3 Pou sa, Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te voye Hoham, wa Hébron an ak Piream, wa Jarmuth ak Japhia, wa Lakis avèk Debir, wa Eglon an, e te di:
JOS 10:4 “Vin monte kote mwen pou ede m. Annou atake Gabaon, paske yo te fè lapè avèk Josué e avèk fis Israël yo.”
JOS 10:5 Konsa, senk wa Amoreyen yo, wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an te monte, yo menm avèk tout lame yo, yo te fè kan akote Gabaon pou te goumen kont li.
JOS 10:6 Mesye Gabaon yo te voye kote Josué kote kan Guilgal la, e te di: “Pa abandone sèvitè ou yo; vin monte kote nou pou ede nou; paske tout wa Amoreyen ki rete nan peyi kolin yo te vin rasanble kont nou.”
JOS 10:7 Alò, Josué te monte soti Guilgal, li menm ansanm ak tout moun lagè yo ak tout gèrye vanyan yo.
JOS 10:8 SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè yo, paske Mwen te mete yo nan men ou. Pa menm youn nan yo va kanpe devan ou.”
JOS 10:9 Konsa, Josué te parèt sou yo sibitman akoz yo te mache nan nwit lan soti Guilgal.
JOS 10:10 Epi SENYÈ a te fè yo fè dega devan Israël. Li te touye yo avèk yon gwo masak nan Gabaon, Li te kouri dèyè yo nan chemen pant Beth-Horon e Li te frape yo jis rive Azéka, avèk Makkéda.
JOS 10:11 Pandan yo t ap sove ale devan Israël, pandan yo t ap desann pant Beth-Horon an, SENYÈ a te voye gwo wòch sòti nan syèl la sou yo jis rive Azéka, e yo te mouri. Pifò nan yo te mouri akoz gwo lagrèl ke sila ke fis Israël yo te touye avèk lam nepe yo.
JOS 10:12 Konsa, Josué te pale avèk SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te livre Amoreyen yo devan fis Israël yo. Li te pale devan tout zye a fis Israël yo: “O solèy, kanpe an plas sou Gabaon! Epi lalin nan, rete la, nan vale Ajalon!”
JOS 10:13 Alò, solèy la te kanpe e lalin nan pa t deplase Jiskaske nasyon an te fè revandikasyon an yo menm, sou lènmi yo. Èske sa pa ekri nan liv Jaser a? Solèy la te rete nan mitan syèl la e li pa t deplase pandan anviwon yon jou konplè.
JOS 10:14 Pa t gen jou tankou sila a ni devan li, ni apre li, lè SENYÈ a te koute vwa a yon moun; paske SENYÈ a te goumen pou Israël.
JOS 10:15 Konsa, Josué avèk tout Israël avèk li te retounen nan kan an Guilgal.
JOS 10:16 Men senk wa sila yo te sove ale pou te kache kò yo nan gwòt Makkéda a.
JOS 10:17 Li te pale a Jousé ke: “Senk wa yo te twouve kache nan gwòt Makkéda a.”
JOS 10:18 Josué te di: “Woule gwo wòch yo kont bouch gwòt la; epi mete mesye yo veye l,
JOS 10:19 men pa rete nou menm. Swiv lènmi nou yo pou atake yo pa dèyè. Pa kite yo antre nan vil yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo nan men nou.”
JOS 10:20 Li te vin rive ke lè Josué avèk fis Israël yo te fin touye yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo tout te fin detwi e sila ki te chape yo, yo te antre nan vil fòtifye yo,
JOS 10:21 pou tout pèp la te retounen nan kan an kote Josué nan Makkéda anpè. Pèsòn pa t pale yon mo kont fis Israël yo.
JOS 10:22 Epi Jousé te di: “Ouvri bouch gwòt la e mennen senk wa sa yo sòti nan gwòt la.”
JOS 10:23 Se konsa yo te fè, yo te mennen senk wa sila yo soti deyò gwòt la: wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an.
JOS 10:24 Lè yo te mennen wa sa yo sòti kote Josué, Josué te rele tout mesye Israël yo. Li te di a chèf gèrye yo ki te ale avè l, “Vin mete pye nou sou kou a wa sa yo.” Epi yo te vini epou te mete pye yo sou kou yo.
JOS 10:25 Epi Josué te di yo: “Pa pè, ni dekouraje! Kenbe fèm e pran kouraj, paske konsa SENYÈ a va fè a tout lènmi nou yo lè yo goumen avèk nou.”
JOS 10:26 Epi answit, Josué te frape yo e te mete yo a lanmò, epi te pann yo sou senk pyebwa. Yo te pann sou bwa yo jis rive nan aswè.
JOS 10:27 Li te rive nan lè solèy kouche ke Josué te bay yon kòmand pou yo te desann yo nan pyebwa yo, e jete yo nan gwòt kote yo te kache kò yo a. Yo te mete gwo wòch sou bouch gwòt la, ki la jis jodi a.
JOS 10:28 Alò, Josué te kaptire Makkéda nan jou sa a. Li te frape l, ansanm ak wa li a avèk lam nepe. Li te konplètman detwi li ak tout moun ki te ladann. Li pa t kite pèsòn vivan. Konsa li te fè a wa Makkéda a, jis jan ke li te fè a wa Jéricho a.
JOS 10:29 Epi Josué avèk tout Israël avèk li te pase soti Makkéda a Libna pou te goumen kont Libna.
JOS 10:30 SENYÈ a te bay Libna tou ansanm ak wa li nan men Israël. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan ladann. Konsa li te fè a wa a li menm bagay ke li te fè a wa Jéricho a.
JOS 10:31 Konsa, Josué avèk tout Israël avèk li te pase soti nan Libna a Lakis. Yo te fè kan kont li e te goumen kont li.
JOS 10:32 SENYÈ a te bay Lakis nan men Israël. Li te kaptire li nan dezyèm jou a. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe, jis jan ke li te fè a Libna a.
JOS 10:33 Alò Horam, wa Guézer a, te monte pou ede Lakis. Jousé te bat li ak pèp li a jiskaske li pa t kite moun vivan.
JOS 10:34 Konsa, Josué avèk tout Israël te kite Lakis pou Églon; Yo te fè kan kont li e te goumen kont li.
JOS 10:35 Yo te kaptire li nan jou sila a e te frape li avèk lam nepe. Nan jou sa a, li te konplètman detwi tout moun ki te ladann, jis jan li te fè a Lakis la.
JOS 10:36 Alò, Josué avèk tout Israël avèk li te monte soti Églon a Hébron, epi yo te goumen kont li.
JOS 10:37 Yo te kaptire li, frape li ak wa li a avèk tout vil li yo ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan, jis jan li te fè Eglon an. Li te konplètman detwi li avèk tout moun ki te ladann.
JOS 10:38 Epi Josué avèk tout Israël avèk li te retounen a Debir pou yo te goumen kont li.
JOS 10:39 Li te kaptire li avèk wa li a, ak tout vil li yo. Yo te frape yo avèk lam nepe e te detwi yo nèt tout moun ladann. Li pa t kite moun vivan. Jis jan ke li te fè Hébron an, konsa li te fè Debir avèk wa li a e li te osi fè nan Libna avèk wa li a.
JOS 10:40 Konsa, Josué te frape tout peyi a, peyi kolin yo avèk Negev la ak ba plèn nan avèk pant yo ak tout wa yo. Li pa t kite moun vivan, men li te konplètman detwi tout moun ki te gen souf lavi, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a Israël la, te kòmande a.
JOS 10:41 Josué te frape yo soti Kadès-Barnéa, jis rive Gaza.
JOS 10:42 Jousé te kaptire tout wa sila yo avèk peyi yo nan yon sèl kou, akoz SENYÈ a, Bondye a Israël la, te goumen pou Israël.
JOS 10:43 Epi Josué ak tout Israël avèk li te retounen nan kan Guilgal la.
JOS 11:1 Epi li te vin rive ke lè Jabin, wa Hatsor a, te tande koze a, li te voye kote Jobab, wa Madon an, kote wa Schimron ak kote wa Acschaph,
JOS 11:2 ak wa ki te nan nò nan peyi kolin yo ak nan Araba a—-plis nan sid a Kinnéreth, nan ba plèn nan ak sou wotè a Dor nan lwès,
JOS 11:3 vè Kananeyen yo nan lès ak nan lwès, Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo ak Jebizyen yo nan peyi kolin yo ak Evyen yo nan pye Mòn Hermon nan peyi Mitspa a.
JOS 11:4 Yo te sòti, yo menm avèk tout lame yo avèk yo, fòs kantite moun tankou grenn sab bò lanmè, avèk anpil cheval ak cha.
JOS 11:5 Tout wa sila yo te reyini. Yo te vin fè kan an ansanm vè dlo a Mérom yo pou goumen kont Israël.
JOS 11:6 Alò, SENYÈ a te di a Jousé: “Pa pè akoz yo menm, paske demen nan lè sa a, mwen va livre yo tou mouri devan Israël. Nou va koupe jarèt cheval yo e brile cha yo avèk dife.”
JOS 11:7 Konsa, Jousé avèk tout moun lagè yo te parèt sou yo sibitman toupre dlo Mérom yo pou atake yo.
JOS 11:8 SENYÈ a te livre yo nan men Israël pou yo te genyen yo. Yo te kouri dèyè yo jis rive nan Gran Sidon, ak Misrepoth-Maïm avèk vale a Mitspa nan lès. Yo te frape yo jiskaske pèsòn pa t viv ladan yo.
JOS 11:9 Josué te fè yo jan SENYÈ a te pale li a. Li te koupe jarèt cheval yo, e brile cha yo avèk dife.
JOS 11:10 Epi Josué te retounen fè bak nan moman sa a pou te kaptire Hatsor e frape wa li a avèk nepe. Paske Hatsor, oparavan, te chèf an tèt tout wayòm sila yo.
JOS 11:11 Yo te frape tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Yo te detwi yo nèt. Pa t gen pèsòn ki te rete ap respire. Epi li te brile Hatsor avèk dife.
JOS 11:12 Josué te kaptire tout vil a wa sila yo, ak tout wa yo. Li te frape yo avèk lam nepe e li te detwi yo nèt, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a te kòmande a.
JOS 11:13 Sepandan, Israël pa t brile okenn nan vil ki te kanpe sou pwòp ti mòn pa yo, sof ke Hatsor sèl, ke Josué te brile.
JOS 11:14 Tout piyaj lakay sila yo ak bèt yo, fis Israël yo te pran yo kòm byen sezi pa yo. Men yo te frape tout moun avèk lam nepe jiskaske yo te detwi yo. Yo pa t kite pèsòn respire.
JOS 11:15 Jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse, sèvitè li a, konsa Moïse te kòmande Josué, e konsa Josué te fè. Li pa t kite anyen pa fèt nan tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
JOS 11:16 Konsa, Josué te pran tout tèritwa sa a: peyi ti kolin yo ak tout Negev la, tout peyi Gosen an, ba plèn nan, Araba a, peyi ti kolin Israël la ak ba plèn li,
JOS 11:17 soti nan Mòn Halak ki leve vè Séir, menm jis rive lwen nan Baal-Gad nan vale Liban nan pye Mòn Hermon. Konsa, li te kaptire tout wa yo, li te frape yo ba e te mete yo a lanmò.
JOS 11:18 Josué te pouswiv lagè pandan anpil tan avèk tout wa sa yo.
JOS 11:19 Pa t gen yon vil ki te fè lapè avèk fis Israël yo, sof ke Evyen ki te rete Gabaon yo. Se nan batay menm yo te pran yo.
JOS 11:20 Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
JOS 11:21 Josué te vini nan tan sa a, e li te koupe Anakim yo nan peyi ti kolin yo, soti Hébron, soti Debir, soti Anab ak tout peyi ti kolin nan Juda yo e soti nan tout peyi ti kolin an Israël yo. Josué te detwi yo nèt avèk vil yo.
JOS 11:22 Pa t gen Anakim ki te rete nan peyi fis Israël yo. Sèlman nan Gaza, nan Gath ak nan Asdod kèk te rete.
JOS 11:23 Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.
JOS 12:1 Alò, sila yo se wa a peyi ke fis Israël yo te fin bat e tèren ke yo te vin posede lòtbò Jourdain an vè solèy leve a, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon ak tout Araba vè lès:
JOS 12:2 Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon, ki te domine soti Aroër ki akote vale Arnon an, ni mitan vale a ak mwatye Galaad, menm jis rive nan ti rivyè Jabbok la, lizyè a fis Ammon an;
JOS 12:3 epi nan Araba jis rive nan lanmè Kinnéreth la, vè lès, jis rive nan lanmè Araba a, ki se Lame Sale a, vè lès vè Beth-Jeschimoth ak nan sid, nan pye pant a Mòn Pisga yo;
JOS 12:4 epi tèritwa Og, wa Basan an, youn nan retay Rephaïm ki te rete Aschtaroth ak Édréï,
JOS 12:5 epi li te domine sou Mòn Hermon ak Salca avèk tout Basan, jis rive nan lizyè a Gechouryen ak Maakatyen yo, epi mwatye Galaad, pou rive nan lizyè Sihon, wa Hesbon an.
JOS 12:6 Moïse, sèvitè SENYÈ a, ak fis Israël yo te bat yo. Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, kòm posesyon.
JOS 12:7 Alò, sila yo se wa peyi ke Josué avèk fis Israël yo te bat lòtbò Jourdain an, vè lwès, soti Baal-Gad nan vale Liban, jis rive nan Mòn Halak ki leve vè Séir. Epi Josué te bay li a tribi Israël yo kòm posesyon selon divizyon pa yo,
JOS 12:8 nan peyi ti kolin yo, nan ba plèn nan, nan Araba a, nan pant yo, nan dezè a, nan Negev la; Etyen an, Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an, Evyen ak Jebizyen an:
JOS 12:9 wa a Jéricho a, youn; wa a Ai ki akote Béthel la, youn;
JOS 12:10 wa a Jérusalem nan, youn; wa a Hébron an, youn;
JOS 12:11 wa a Jarmuth lan, youn; wa a Lakis la, youn;
JOS 12:12 wa a Églon an, youn; wa a Guézer a, youn;
JOS 12:13 wa a Debir a, youn; wa a Guéder a, youn;
JOS 12:14 wa a Horma a, youn; wa a Arad la, youn
JOS 12:15 wa a Libna a, youn; wa a Adulam nan, youn;
JOS 12:16 wa a Makkéda a, youn; wa a Béthel la, youn;
JOS 12:17 wa a Tappuach la, youn; wa a Hépher a, youn;
JOS 12:18 wa a Aphek la, youn; wa Lascharon an, youn;
JOS 12:19 wa a Madon an, youn; wa a Hatsor a, youn;
JOS 12:20 wa a Schimron-Meron an, youn; wa a Acschaph la, youn;
JOS 12:21 wa a Taanac la, youn; wa a Meguiddo a, youn;
JOS 12:22 wa a Kédesh la, youn; wa a Joknaem nan Carmel la, youn;
JOS 12:23 wa a Dor a, youn; wa a Gojim nan, toupre Guilgal, youn;
JOS 12:24 wa a Thirtsa a, youn. Total wa yo, tranteyen.
JOS 13:1 Alò Josué te vin vye e avanse nan laj lè SENYÈ a te di li: “Ou vin vye e avanse nan laj e anpil nan tè a rete san posede.
JOS 13:2 “Men tè ki rete yo: tout kote Filisten yo ak tout sila a Gechouryen yo;
JOS 13:3 soti nan Schichor ki nan lès Égypte, jis rive nan fwontyè Ékron ki nan nò (li konte tankou Kananeyen yo); senk prens a Filisten yo: sa Gaza a, sa Asdod la, sa Askalon an, sa Gath la ak sa Ekron an e pa Avyen yo.
JOS 13:4 Nan sid, tout tèritwa a Canaan yo ak Meara ki pou Sidonyen yo, soti nan Aphek jis rive nan fwontyè Amoreyen yo;
JOS 13:5 epi tèritwa Gibliyen yo avèk tout Liban, vè lès, soti Baal-Gad anba Mòn Hermon jis rive nan Lebo-Hamath.
JOS 13:6 “Tout pèp ki te rete nan peyi ti kolin yo soti Liban jis rive Misrephoth-Maim, tout Sidonyen yo, mwen va pouse yo ale soti devan fis Israël yo. Se sèl a Israël pou bay li kòm eritaj, jan Mwen te kòmande ou a.
JOS 13:7 Koulye a, pou sa, divize tè sa a kòm eritaj a nèf tribi yo avèk mwatye tribi a Manassé a.”
JOS 13:8 Avèk lòt mwatye tribi a, Ribenit yo ak Gadit yo te resevwa eritaj pa yo ke Moïse te ba yo lòtbò Jourdain an nan lès, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a:
JOS 13:9 soti Aroër ki akote vale Arnon an, avèk vil ki nan mitan vale a ak tout plèn Médeba a, jis rive nan Dibon;
JOS 13:10 epi tout vil a Sihon yo, wa a Amoreyen yo, ki te renye nan Hesbon yo, jis rive nan lizyè fis a Ammon yo;
JOS 13:11 epi Galaad ak tèritwa a Gechouryen yo avèk Maakatyen yo, tout Mòn Hermon an ak tout Basan jis rive Salca;
JOS 13:12 tout wayòm a Og yo nan Basan ki te renye nan Ashtaroth ak nan Édréï, (se te li sèl ki te rete kòm retay a Rephaïm yo); paske Moïse te frape yo e deplase yo.
JOS 13:13 Men fis Israël yo pa t deplase Gechouryen yo ak Maakatyen yo; paske Gueschur avèk Maacath rete pami Israël yo jis jodi a.
JOS 13:14 Sèlman a tribi Levi a, li pa t bay eritaj. Ofrann pa dife a SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan Li te pale yo a.
JOS 13:15 Epi Moïse te bay a tribi fis a Ruben yo selon fanmi pa yo.
JOS 13:16 Tèritwa pa yo te soti Aroër ki arebò vale Arnon an, avèk vil nan mitan vale a ak tout plèn akote Médeba a;
JOS 13:17 Hesbon ak tout vil pa li yo ki nan plèn nan: Dibon avèk Bamoth-Baal ak Beth-Baal-Meon,
JOS 13:18 epi Jahats, Kedémoth, Méphaath,
JOS 13:19 Kirjathaïm, Sibma, Tséreth-Haschachar sou mòn a vale a,
JOS 13:20 Beth-Peor, avèk pant a Pisga yo, Beth-Jeschimoth,
JOS 13:21 tout vil nan plèn yo ak tout wayòm a Sihon an, wa Amoreyen an, ki te renye nan Hesbon, ke Moïse te frape ansanm avèk chèf Madian yo, Évi, Rékem, Tsur, Hur, avèk Reba, prens a Sihon yo, ki te rete nan peyi a.
JOS 13:22 Fis Israël yo, osi, te touye avèk nepe, Balaam, fis a Beor a, yon divinò, pami tout lòt ki te mouri nan yo.
JOS 13:23 Lizyè a fis a Ruben yo se te Jourdain an. Sa se te eritaj a fis Ruben yo selon fanmi pa yo, vil ak ti bouk yo.
JOS 13:24 Moïse, osi, te bay tribi Gad la, a fis Gad yo, selon fanmi pa yo.
JOS 13:25 Tèritwa pa yo se te Jazer, tout vil nan Galaad yo ak mwatye peyi a fis Ammon yo, jis rive nan Aroër ki devan Rabba a,
JOS 13:26 epi soti Hesbon, jis rive nan Ramath-Mitspé, Bethonim ak soti Mahanaïm jis rive nan lizyè Debir a;
JOS 13:27 epi nan vale a, Beth-Haram, Beth-Nimra, Succoth ak Tsaphon, sila ki rete nan wayòm Sihon an, wa Hesbon an, avèk Jourdain an kòm lizyè li jis rive nan pwent Lamè Kinnéreth la, lòt kote Jourdain an vè lès.
JOS 13:28 Sa se eritaj a fis a Gad yo selon fanmi, vil yo ak bouk pa yo.
JOS 13:29 Moïse te, osi, bay yon eritaj a mwatye tribi Manassé a. Li te pou mwatye tribi Manassé a selon fanmi pa yo.
JOS 13:30 Tèritwa pa yo te soti nan Mahanaïm, tout Basan, tout wayòm ki pou Og la, wa Basan an ak tout a vil a Jaïr yo ki nan Basan, swasant vil antou.
JOS 13:31 Anplis, mwatye nan Galaad, avèk Aschtaroth ak Édréï, vil nan wayòm Og yo, nan Basan, te vin pou fis Makir yo, fis a Manassé yo, pou mwatye a fis Makir yo selon fanmi pa yo.
JOS 13:32 Sila yo se tèritwa ke Moïse te divize kòm eritaj nan ba plèn a Moab yo, lòtbò Jourdain an, vè Jéricho ki nan lès.
JOS 13:33 Men a tribi Levi a, Moïse pa t ba li eritaj. SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan li te pwomèt a yo menm nan.
JOS 14:1 Alò, sila yo se tèritwa ke fis Israël yo te eritye nan peyi Canaran an, ke Éléazar, prèt la ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf kay nan tribi a fis Israël yo te divize bay yo kòm eritaj yo,
JOS 14:2 selon tiraj osò eritaj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande a, pa Moïse pou nèf tribi avèk mwatye tribi a.
JOS 14:3 Paske Moïse te bay eritaj la a de tribi avèk mwatye tribi lòtbò Jourdain an. Men li pa t bay yon eritaj a Levit ki te pami yo.
JOS 14:4 Paske fis Joseph yo te de tribi, Manassé avèk Éphraïm, e yo pa t bay yon pòsyon a Levit nan peyi yo, sof ke vil pou yo viv ladan yo, avèk tèren pa yo pou bèt pa yo ak pou byen pa yo.
JOS 14:5 Konsa, fis Israël yo te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. Yo te divize tèren an.
JOS 14:6 Alò, fis Juda yo te pwoche toupre Josué nan Guilgal ak Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an. Yo di li: “Ou konnen pawòl ke SENYÈ a te pale a Moïse, nonm Bondye a, konsènan ou menm avèk mwen nan Kadès-Barnéa.
JOS 14:7 Mwen te gen karantan lè Moïse, sèvitè SENYÈ a, te voye mwen sòti nan Kadès Barnéa pou fè espyonaj peyi a. Mwen te mennen pawòl la retounen kote li jan li te ye nan kè m nan.
JOS 14:8 Sepandan, frè m ki te monte avè m yo te fè kè a pèp la fann avèk laperèz; men Mwen te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.”
JOS 14:9 Konsa, Moïse te sèmante nan jou sa a, e li te di: “Vrèman peyi a sila pye ou te foule a va vin yon eritaj pou ou menm ak pitit ou yo pou tout tan, akoz ou te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.”
JOS 14:10 “Koulye a, gade byen, SENYÈ a te kite mwen viv pandan karant-senk ane sa yo, jis jan ke Li te pale a, soti nan tan sila a ke SENYÈ a te pale pawòl sa a Moïse la, lè Israël te mache nan dezè a. Epi koulye a, gade byen, jodi a mwen gen katreven senk ane.
JOS 14:11 Mwen gen menm fòs jodi a ke m te gen nan jou Moïse te voye mwen an. Tankou fòs mwen te gen nan moman sa a, se konsa fòs mwen ye koulye a, pou fè lagè ak antre sòti.
JOS 14:12 Alò, koulye a, ban m peyi ti kolin yo sa ke SENYÈ a te pale nan jou sa a. Paske ou te tande nan jou sa a ke Anakim yo te la avèk gran vil byen fòtifye. Li kapab ke SENYÈ a va avè m, e mwen va chase yo sòti ladann jan SENYÈ a te pale a.”
JOS 14:13 Alò, Josué te beni li e te bay Hébron a Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an jis rive jodi a kon eritaj li. Paske li te swiv SENYÈ a, Bondye Israël la nèt.
JOS 14:14 Konsa, Hébron te devni eritaj Caleb, fis a Jephunné, Kenyen an, jis rive jou sa a, akoz li te swiv SENYÈ a nèt.
JOS 14:15 Alò, non ansyen a Hébron an se te Kirjath-Arba, paske Arba te moun pi gran pami Anakim yo. Answit, peyi a te vin gen repo san fè lagè.
JOS 15:1 Koulye a, tiraj osò a pou tribi fis a Juda yo selon fanmi pa yo te rive nan lizyè Édom an, desann nan sid pou rive nan dezè Tsin nan pwent ki plis nan sid la.
JOS 15:2 Lizyè sid la te sòti nan pwent piba nan Lamè Sale a, soti nan dlo ki vire vè sid la.
JOS 15:3 Konsa, li te kontinye vè sid pou rive nan pant Akrabbim nan. Li te kontinye a Tsin, li te monte vè sid a Kadès-Barnéa, e te kontinye nan Hesbron. Li te monte nan Addar e te vire tounen a Karkaa.
JOS 15:4 Li te pase vè Atsmon e te kontinye pou rive nan ti rivyè Égypte la. Konsa, lizyè a te fini nan lanmè a. Sa va lizyè sid nou.
JOS 15:5 Lizyè lès la te Lamè Sale a soti nan bouch larivyè Jourdain an. Epi lizyè bò kote nò a te soti nan lanmè a nan bouch Jourdain an.
JOS 15:6 Epi lizyè a te monte vè Beth-Hogla, li te kontinye nan kote nò a Beth-Araba, epi lizyè a te monte nan wòch Bohan an, fis a Ruben an.
JOS 15:7 Lizyè a te monte vè Debir soti nan vale a Acor a e te vire bò nò a vè Guilgal ki anfas pant pou rive Adummim, ki nan sid vale a, epi lizyè a te kontinye rive jis nan dlo a En-Schémesch pou te fini nan En-Roguel.
JOS 15:8 Konsa, lizyè a te monte nan vale Ben-Hinnon rive nan pant Jebizyen nan sid (sa vle di Jérusalem), epi lizyè a te monte sou pwent mòn nan ki pi devan vale Hinnon an vè lwès, ki nan dènye pwent vale Rephaïm nan vè nò.
JOS 15:9 Soti nan tèt mòn nan, lizyè a te koube pou rive nan sous ki rele dlo Nephtoach e te rive devan nan vil a Mòn Éphron an, epi lizyè a te vin koube pou rive nan Baala, (sa vle di, Kirjath-Jearim).
JOS 15:10 Lizyè a te vire soti nan Baala vè lwès pou rive nan Mòn Séir, li te kontinye pou rive nan pant Mòn Jearim nan nò (sa vle di Kesalon). Li te desann nan Beth-Schémesch e li te pase nan Timnah.
JOS 15:11 Lizyè a te kontinye rive akote Ékron vè nò. Epi lizyè a te koube rive nan Schicron, li te kontinye rive jis nan Mòn Baala, li te rive nan Jabneel, e li te fè bout nan lanmè a.
JOS 15:12 Lizyè nan lwès la te nan kot Gran Lamè a. Sa se lizyè ki antoure fis Juda yo selon fanmi pa yo.
JOS 15:13 Alò, li te bay a Caleb, fis Jephunné a, yon pòsyon pami fis Juda yo, selon kòmand a SENYÈ a vè Josué. Li te konn rele Kirjath-Arba, apre papa Anak (ki anplis konn rele, Hébron).
JOS 15:14 Caleb te chase fè sòti la twa fis Anak yo: Schéschaï, Ahiman ak Talmaï, pitit a Anak yo.
JOS 15:15 Konsa, li te monte soti la kont sila ki rete Debir yo. Debir oparavan te rele Kirjath-Sépher.
JOS 15:16 Alò, Caleb te di: “Sila ki kaptire li a, mwen va bay li Acsa, fi mwen an, kòm madanm.”
JOS 15:17 Othniel, fis a Kenaz la, frè Caleb la te kaptire li. Konsa, li te bay li Acsa, fi li a, kòm madanm.
JOS 15:18 Li te vin rive ke lè fi a te vin kote li, li te konvenk li pou mande papa li pou yon chan. Konsa, fi a te desann bourik la, e Caleb te di l: “Kisa ou vle?”
JOS 15:19 Epi li te di: “Beni mwen; Kòmsi, ou te ban mwen tè nan negev la, ban mwen sous dlo yo tou.” Konsa, li te ba li sous pi wo yo avèk sous anba yo.
JOS 15:20 Sa se eritaj a tribi a fis Juda yo selon fanmi pa yo.
JOS 15:21 Alò, vil nan tribi fis Juda yo, pi lwen vè fwontyè Édom an nan sid la te Kabsteel, Éder, avèk Jagur,
JOS 15:22 epi Kina, Dimona, Adada
JOS 15:23 ak Kédesh, Hatsor, Ithnan,
JOS 15:24 Ziph, Thélem, Bealòth,
JOS 15:25 Hatsor-Hadattha, Kerijoth-Hetsron ki se Hatsor,
JOS 15:26 Amam, Schema, Molada,
JOS 15:27 Hatsar-Gadda, Heschmon, Beth-Paleth,
JOS 15:28 Hatsar-Schual, Beer-Schéba, Bizjothja
JOS 15:29 Baala, Ijjim, Atsem,
JOS 15:30 Eltholad, Kesil, Horma,
JOS 15:31 Tsiklag, Madmanna, Sansanna,
JOS 15:32 Lebaoth, Schilhim, Aïn, avèk Rimmon. Antou, vent-nèf vil avèk bouk pa yo.
JOS 15:33 Nan ba plèn nan: Eschathaol, Tsorea, Aschna,
JOS 15:34 Zanoach, En-Gannim, Tappuach, Énam,
JOS 15:35 Jarmuth, Adullam, Soco, Azéka,
JOS 15:36 Schaaraïm, Adithaïm, Guedéra, avèk Guedérothaïm; katòz vil avèk bouk pa yo.
JOS 15:37 Tsenan, Hadascha, Migdal-Gad,
JOS 15:38 Dilèan, Mitspé, Joktheel,
JOS 15:39 Lakis, Botskath, Églon,
JOS 15:40 Cabbon, Lachmas, Kithlisch,
JOS 15:41 Guedéroth, Beth-Dagon, Naama, avèk Makkéda; sèz vil avèk bouk pa yo.
JOS 15:42 Libna, Éther, Aschan,
JOS 15:43 Jiphatach, Aschna, Netsib,
JOS 15:44 Keïla, Aczib ak Maréscha; nèf vil avèk bouk pa yo.
JOS 15:45 Ékron, avèk vil li yo ak bouk pa li yo;
JOS 15:46 soti nan Ékron menm pou rive nan lanmè a, tout sa ki te menm kote avèk Asdod avèk bouk pa li yo.
JOS 15:47 Asdod, vil pa li yo avèk bouk yo; Gaza, vil pa li yo avèk bouk yo; jis rive nan ti rivyè Égypte la avèk akote Gran Lamè a, menm.
JOS 15:48 Nan peyi ti kolin yo: Schamir, Jatthir, Soco,
JOS 15:49 Danna, kirjath-Sanna, ki se Debir,
JOS 15:50 Anab, Eschthemo, Anim,
JOS 15:51 Gosen, Holon, avèk Guilo, onz vil avèk bouk pa yo.
JOS 15:52 Arab, Duma, Éschean
JOS 15:53 Janum, Beth-Tappuach, Aphéka,
JOS 15:54 Humta, Kirjath-Arba, ki se Hébron, avèk Tsior; nèf vil avèk bouk pa yo.
JOS 15:55 Maon, Carmel, Ziph, Juta,
JOS 15:56 Jizreel, Jokdeam, Zanoach,
JOS 15:57 Kaïn, Guibea, avèk Thimna; dis vil avèk bouk pa yo.
JOS 15:58 Halhul, Beth-Tsur, Guedor,
JOS 15:59 Maarath, Beth-Anoth, avèk Elthekon; sis vil avèk bouk pa yo.
JOS 15:60 Kirjath-Baal, ki se Kirjath-Jearim ak Rabba; de vil avèk bouk pa yo.
JOS 15:61 Nan dezè a: Beth-Araba, Middin, Secaca,
JOS 15:62 Nibschan, Ir-Hammélach ak En-Guédi; sis vil avèk bouk pa yo.
JOS 15:63 Alò, pou Jebizyen yo, moun ki te rete Jérusalem yo, fis Juda yo pa t kapab chase yo ale; pou sa, Jebizyen yo rete pami fis Juda yo jis rive jodi a.
JOS 16:1 Tiraj osò fis a Joseph yo te sòti nan Jourdain vè Jéricho pou rive nan dlo a Jéricho yo, vè lès nan dezè a. Yo te monte soti Jéricho pou pase nan peyi ti kolin yo pou rive Béthel.
JOS 16:2 Li te sòti Béthel vè Luz pou te kontinye rive jis nan fwontyè Akiyen yo nan Atharoth.
JOS 16:3 Li te kouri desann vè lwès nan tèritwa a Jafletyen yo, jis rive nan tèritwa pati Beth-Horon ki piba a, jis rive nan Guézer; epi li te fè bout li nan lanmè.
JOS 16:4 Fis a Joseph, Manassé avèk Éphraïm te resevwa eritaj pa yo.
JOS 16:5 Men tèritwa fis a Éphraïm yo selon fanmi pa yo: lizyè a eritaj pa yo, vè lès se te Atharoth-Addar, pou rive nan Wo Beth-Horon.
JOS 16:6 Epi lizyè a te vire nan lwès nan Micmethath nan nò; epi lizyè a te vire vè lès pou Thaanath-Silo e te kouri depase li nan lès a Janoach.
JOS 16:7 Li te vin desann soti nan Janoach a Ataroth, a Naaratha, li te rive nan Jéricho e te sòti nan Jourdain an.
JOS 16:8 Soti nan Tappuach, lizyè a te kontinye vè lwès nan ti rivyè Kana a e te fè bout li nan lanmè. Sa se te eritaj a tribi fis Éphraïm yo selon fanmi pa yo,
JOS 16:9 avèk vil ki te mete apa pou fis Éphraïm yo nan mitan eritaj a fis Manassé yo, tout vil yo avèk bouk pa yo.
JOS 16:10 Men yo pa t chase fè sòti Kananeyen ki te rete Guézer yo; epi pou sa, Kananeyen yo rete pami Éphraïm jis jodi a. Konsa, yo te vin ouvriye yo nan travay fòse.
JOS 17:1 Alò, sa se tiraj osò a pou Manassé, paske li te premye ne a Joseph. Pou Makir, premye ne a Manassé a, papa a Galaad ak Basan, paske li te yon nonm lagè.
JOS 17:2 Epi tiraj osò a te fèt pou lòt fis Manassé yo selon fanmi pa yo: pou fis a Abiézer a, pou fis a Hélek la, pou fis a Asriel yo, e fis a Sichem yo, pou fis a Hépher yo ak pou fis a Schemida yo; sa yo se te desandan mesye a Manassé yo, fis a Joseph la selon fanmi pa yo.
JOS 17:3 Men Tselophchad, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, pa t gen fis, men sèlman fi. Sila yo se non a fi li yo: Machla, Noa, Hogla, Milca ak Thirtsa.
JOS 17:4 Yo te vin pwoche Éléazar, prèt la, ak devan Josué, fis a Nun nan, ak devan chèf yo, e yo te di: “SENYÈ a te kòmande Moïse pou bannou yon eritaj pami frè nou yo.” Konsa, selon kòmand a SENYÈ a, li te ba yo yon eritaj pami frè a papa pa yo.
JOS 17:5 Pou sa, te vin tonbe dis pòsyon tè a Manassé, anplis, tout tè a Galaad ak Basan ki lòtbò Jourdain an,
JOS 17:6 akoz fi a Manassé yo te resevwa yon eritaj pami fis li yo. Epi tè Galaad la te apatyen a lòt fis Manassé yo.
JOS 17:7 Lizyè Manassé a te kouri soti Aser a Micmethath, ki nan lès a Sichem. Epi lizyè a te kouri vè sid pou rive kote pèp En-Tappuach yo.
JOS 17:8 Tè Tappuach la te apatyen a Manassé; men Tappuach nan lizyè Manassé a te pou fis a Éphraïm yo.
JOS 17:9 Lizyè a te kouri desann rive nan ti rivyè Kana a, bò kote sid a rivyè a (vil sa yo se te pou Éphraïm pami vil a Manassé yo). Epi lizyè a Manassé a te nan kote nò a ti rivyè a e li te fè bout li nan lanmè.
JOS 17:10 Kote sid la se te pou Éphraïm e kote nò a se te pou Manassé, lanmè a te lòt lizyè a. Yo te rive vè Aser nan nò e vè Issacar nan lès.
JOS 17:11 Nan Issacar ak nan Aser, Manassé te gen Beth-Schean avèk bouk li yo, Jibleam avèk bouk li yo, pèp a Dor yo avèk bouk li yo, pèp a En-Dor yo avèk bouk li yo, pèp a Thaanac yo avèk bouk li yo, pèp a Meguiddo yo avèk bouk li yo e twazyèm nan se Napheth.
JOS 17:12 Men fis Manassé yo pa t kab pran posesyon a vil sa yo akoz Kananeyen yo te pèsiste viv nan peyi sa a.
JOS 17:13 Li te rive ke lè fis Israël yo te vin gen fòs, yo te mete Kananeyen yo nan travo fòse; men yo pa t chase yo deyò nèt.
JOS 17:14 Alò, fis Joseph yo te pale avèk Josué e te di: “Poukisa mwen te resevwa yon sèl tiraj osò ak yon sèl pòsyon kòm eritaj, paske nou menm se yon pèp ki anpil ke jis koulye a SENYÈ a te beni anpil?”
JOS 17:15 Josué te di yo: “Si nou se yon pèp ki anpil, ale monte nan forè a pou netwaye yon plas pou nou la nan peyi Ferezyen avèk Rephaïm yo; akoz peyi ti kolin Éphraïm nan twò etwat pou nou.”
JOS 17:16 Epi fis Joseph yo te reponn: “Peyi ti kolin nan pa kont pou nou e tout Kananeyen yo ki rete nan plèn nan gen cha ki fèt an fè, ni sila ki nan Beth-Schean avèk bouk pa li yo ak sila ki nan vale Jizreel la.”
JOS 17:17 Josué te pale avèk lakay Joseph, a Éphraïm avèk Manassé e te di: “Nou se yon pèp ki anpil e ki gen gran pouvwa. Nou p ap gen yon sèl tiraj osò,
JOS 17:18 men peyi ti kolin yo va vin pou nou. Men se yon forè ke li ye, nou va eklèsi li e lizyè ki pi lwen nan li yo va vin pou nou; paske nou va chase met deyò Kananeyen yo, malgre yo gen cha ki fèt an fè e malgre yo gen fòs.”
JOS 18:1 Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo.
JOS 18:2 Te rete pami fis Israël yo sèt tribi ki potko divize eritaj yo.
JOS 18:3 Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Konbyen de tan nou va mete ankò pou nou pa antre pran posesyon peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou an?
JOS 18:4 Bay a tèt nou twa mesye ki sòti nan chak tribi, pou m kapab voye yo e pou yo kab mache nan peyi a, pou ekri yon plan detaye a yo menm selon pwòp eritaj pa yo; epi yo va retounen bò kote mwen.
JOS 18:5 Yo va divize li an sèt pòsyon; Juda va rete nan tèritwa pa li nan sid e lakay Joseph la va rete nan tèritwa pa yo nan nò.
JOS 18:6 Nou va fè apantaj peyi a an sèt pòsyon e mennen li ban mwen. Mwen va tire yo osò pou nou isit la devan SENYÈ a, Bondye nou an.
JOS 18:7 Paske Levit yo pa gen pòsyon pami nou, akoz pozisyon prèt SENYÈ a se eritaj pa yo. Gad avèk Ruben avèk mwatye tribi Manassé a, osi, te resevwa eritaj vè lès, lòtbò Jourdain an, ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te ba yo.”
JOS 18:8 Konsa, mesye yo te leve ale. Josué te kòmande sila ki te ale yo: “Ale mache nan tèren an, e founi yon plan apantaj detaye de li e retounen kote mwen. Alò, mwen va tire li osò pou nou soti isit la nan Silo.”
JOS 18:9 Konsa, mesye yo te sòti e te pase nan peyi a, yo te fè plan apantaj detaye a. Yo te ekri yon deskripsyon selon vil li yo, sèt divizyon yo nan yon liv. Konsa, yo te retounen vè Josué nan kan an Silo.
JOS 18:10 Epi Josué te tire yo osò pou yo nan Silo devan SENYÈ a e la, Josué te divize peyi a pou fis Israël yo selon divizyon pa yo.
JOS 18:11 Alò, tiraj osò a pou tribi Benjamin an te monte selon fanmi pa yo e tèritwa osò pa yo a te poze antre fis a Juda yo ak fis a Joseph yo.
JOS 18:12 Lizyè pa yo nan kote nò a te soti nan Jourdain an, lizyè a te monte bò kote Jéricho nan nò, li te pase nan peyi ti kolin yo vè lwès e li te fè bout li nan dezè a Beth-Aven an.
JOS 18:13 Soti la, lizyè a te kouri vè Luz nan kote sid a Luz (ki se Béthel) vè sid; epi lizyè a te desann vè Athroth-Addar, toupre ti mòn ki sou kote sid a Ba Beth-Horon an.
JOS 18:14 Lizyè a te lonje rive e te vire won sou kote lwès la vè sid; soti nan ti mòn ki parèt devan Beth-Horon vè sid; epi li te fè bout li nan Kirjath-Baal (sa vle di Kirjath-Jearim), yon vil a fis a Juda yo. Sa se te kote lwès la.
JOS 18:15 Epi kote sid la te soti akote a Kirjath-Jearim e lizyè a te ale vè lwès pou te rive nan fontèn dlo Nephthoach yo.
JOS 18:16 Lizyè a te kouri desann rive akote ti mòn ki nan vale Ben-Hinnom, ki nan vale Rephaïm nan vè nò. Epi li te ale desann a vale Hinnom an, nan pant Jebizyen vè sid e te desann jis nan En-Roguel.
JOS 18:17 Li te lonje vè nò e te rive nan En-Schémesch ak nan Gueliloth, ki anfas pant Adummim nan. Epi li te desann nan wòch Bohan an, fis a Ruben an.
JOS 18:18 Li te kontinye akote pa devan Araba a vè nò e te desann rive nan Araba.
JOS 18:19 Lizyè a te kontinye vè akote Beth-Hogla vè nò; epi lizyè a te fè bout li nan dlo nò a Lamè Sale a, nan pwent sid a Rivyè Jourdain an. Sa se te lizyè sid la.
JOS 18:20 Anplis, Jourdain an te lizyè li nan kote lès. Sa se te eritaj a fis Benjamin yo, selon fanmi pa yo ak selon lizyè li yo toupatou.
JOS 18:21 Alò, vil pou tribi a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo se te Jéricho, Beth-Hogla, Émek-Ketsits,
JOS 18:22 Beth-Araba, Tsemaraïm, Béthel,
JOS 18:23 Avvim, Para, Ophra,
JOS 18:24 Kephar-Ammonaï, Ophni, epi Guéba; douz vil yo, avèk bouk pa yo.
JOS 18:25 Gabaon, Rama, Beéroth,
JOS 18:26 Mitspé, Kephira, Motsa,
JOS 18:27 Rékem, Jirpeel, Thareala,
JOS 18:28 Tséla, Éleph, Jebus, ki se Jérusalem, Guibeath ak Kirjath; Sa se eritaj a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo.
JOS 19:1 Alò, dezyèm tiraj osò a te tonbe a Siméon, a tribi a fis a Siméon yo selon fanmi pa yo e eritaj pa yo te nan mitan eritaj a fis Juda yo.
JOS 19:2 Konsa, yo te gen kòm eritaj yo Beer-Schéba, Schéba ak Molada,
JOS 19:3 avèk Hatsar-Schual, Bala, Atsem,
JOS 19:4 Eltholad, Bethul, Horma
JOS 19:5 Tsiklag, Beth-Marcaboth, Hatsar-Susa,
JOS 19:6 Beth-Lebaoth ak Scharuchen, trèz vil avèk bouk pa yo;
JOS 19:7 Aïn, Rimmon, Éther ak Aschan, kat vil avèk bouk pa yo;
JOS 19:8 epi tout bouk ki antoure vil sa yo, jis rive nan Baalath-Beer, ki se Ramath a Negev la. Sa se te eritaj a tribi fis a Siméon yo selon fanmi pa yo.
JOS 19:9 Eritaj a fis Siméon yo te sòti depi nan pòsyon fis Juda yo, paske pòsyon Juda a te twò gran pou yo. Konsa, fis a Siméon yo te resevwa eritaj nan mitan eritaj Juda a.
JOS 19:10 Alò, twazyèm tiraj osò a te monte pou fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo. Epi tèritwa eritaj pa yo a te rive jis Sarid.
JOS 19:11 Lizyè pa yo a te rive nan lwès jis Mareala e te touche Dabbéscheth pou te rive nan ti rivyè ki devan Jokneam nan.
JOS 19:12 Epi li te vire soti nan Sarid vè lès, vè solèy leve, jis rive nan fwontyè Kisloth-Thabor, kouri rive nan Dabrath e monte a Japhia.
JOS 19:13 Soti la, li te kouri vè lès, vè solèy leve, pou rive Guittha-Hépher, a Ittha-Katsin pou kontinye a Rimmon e lonje jis rive Néa.
JOS 19:14 Lizyè a te koube antoure li vè nò rive nan Hannathon e li te fè bout li nan vale Jiphthach-El.
JOS 19:15 Konte ladann tou, se te Katthath, Nahaial, Schimron, Jideala, Bethléem. Douz vil avèk bouk pa yo.
JOS 19:16 Sa se te eritaj a fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo.
JOS 19:17 Katriyèm tiraj osò a te tonbe a Issacar; pou fis Issacar yo avèk fanmi pa yo.
JOS 19:18 Tèritwa pa yo a te rive Jizreel, avèk Kesulloth ak Sunem,
JOS 19:19 Hapharaïm, Schion, Anacharath,
JOS 19:20 Rabbith, Kischjon, Abets,
JOS 19:21 Rémeth, En-Gannim, En-Hadda, avèk Beth-Patsets:
JOS 19:22 Lizyè a te rive nan Thabor, nan Schachatsima, nan Beth-Schémesch e te fè bout li nan Jourdain an. Sèz vil avèk bouk pa yo.
JOS 19:23 Sa se te eritaj a tribi a fis Issacar yo selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo.
JOS 19:24 Alò senkyèm tiraj osò a te tonbe a tribi a fis Aser yo selon fanmi pa yo.
JOS 19:25 Tèritwa pa yo a se te Helkath, Hali, Béthen, Acschaph,
JOS 19:26 Allammélec, Amead avèk Mischeal; li te touche Carmel avèk Schichor-Libnath nan lwès.
JOS 19:27 Li te vire vè lès a Beth-Dagon pou te rive a Zabulon, ak nan vale Jiphthach-El vè nò a Beth-Émek avèk Neïel e kontinye vè Cabul,
JOS 19:28 avèk Ébron, Rehob, Hammon, ak Cana, jis rive nan Gran Sidon.
JOS 19:29 Lizyè a te vin vire vè Rama ak vil fòtifye ki rele Tyr la; epi li vin vire nan Hosa e li te fè bout li nan lanmè vè zòn Aczib.
JOS 19:30 Osi, ladann se te Umma, Aphek, avèk Rehob. Venn-de vil avèk bouk pa yo.
JOS 19:31 Sa se te eritaj a tribi fis Aser yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo.
JOS 19:32 Sizyèm tiraj osò a te tonbe pou fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo.
JOS 19:33 Lizyè pa yo a te soti nan Héleph, soti nan chèn a Tsaannim nan, Adami-Nékeb ak Jabneel, jis rive nan Lakkum pou li fin fè bout li nan Jourdain an.
JOS 19:34 Epi lizyè a te vire vè lwès nan Aznoth-Thabor pou te kontinye soti la a Hukkok; epi li te rive nan Zabulon vè sid, li te touche Aser sou lwès e Juda bò kote Jourdain an vè lès.
JOS 19:35 Vil fòtifye yo se te Tsiddim, Tser, Hammath, Rakkath, Kinnéreth,
JOS 19:36 Adama, Rama, Hatsor,
JOS 19:37 avèk Kédesch, Édréï, En-Hatsor,
JOS 19:38 Jireon, Migdal-El, Horem, Beth-Anath, Beth-Schémesch. Dis-nèf vil avèk bouk pa yo.
JOS 19:39 Sa se te eritaj a tribi a fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo.
JOS 19:40 Setyèm tiraj osò a te tonbe a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo.
JOS 19:41 Tèritwa a eritaj pa yo a se te Tsorea, Eschthaol, Ir-Schémesch,
JOS 19:42 avèk Schaalabbin, Ajalon, Jithla,
JOS 19:43 epi Élon, Thiminatha, Ékron,
JOS 19:44 Eltheké, Guibbethon, Baalath,
JOS 19:45 Jehud, Bené-Berak, Gath-Rimmon,
JOS 19:46 Mé-Jarkon ak Rakkon, avèk tèritwa ki anfas Japho a.
JOS 19:47 Tèritwa a fis a Dan yo te ale pi lwen pase yo; paske fis a Dan yo te monte pou te goumen avèk Léschem e te pran li. Epi yo te frape li avèk lam nepe, yo te posede li e te vin abite ladann; epi yo te rele Léschem Dan menm non a Dan, papa pa yo.
JOS 19:48 Sa se te eritaj a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo, vil sila yo avèk bouk pa yo.
JOS 19:49 Lè yo te fin divize tèren an kòm eritaj selon lizyè li, fis a Israël yo te bay yon eritaj nan mitan yo a Josué, fis a Nun nan.
JOS 19:50 An akò avèk kòmand SENYÈ a, yo te ba li vil ke li te mande a, Thimnath-Sérach nan peyi ti mòn a Éphraïm nan. Konsa, li te bati vil la e li te abite ladann.
JOS 19:51 Sila yo se te eritaj ke Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf an tèt kay a tribi yo pou fis Israël yo te separe pa tiraj osò nan Silo devan SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a. Konsa, yo te fin divize peyi a.
JOS 20:1 Alò, SENYÈ a te pale a Josué e te di:
JOS 20:2 “Pale a fis Israël yo e di: ‘Etabli vil azil ke M te pale ou pa Moïse yo,
JOS 20:3 pou moun ki touye nenpòt moun san li pa fè eksprè, san reflechi yo, pou yo kapab sove ale rive la. Yo va vin yon azil kont vanjè san an.
JOS 20:4 Li va sove ale rive nan youn nan vil sila yo. Yo va kanpe nan antre pòtay a vil sa a pou pwononse ka li a pou ansyen yo nan vil la tande. Konsa, yo va fè l antre nan vil kote yo a, yo va ba li yon kote pou li kapab rete pami yo.
JOS 20:5 Alò, si vanjè san an vin kouri dèyè li, yo pa pou livre moun ki touye moun nan nan men yo, akoz li te frape vwazen li an san reflechi e li pa t rayi li avan lè.
JOS 20:6 Li va rete nan vil sa a jiskaske li kanpe devan asanble a pou jijman, jiska lanmò a wo prèt la nan jou epòk sa a. Epi moun ki te touye moun nan va retounen nan pwòp vil pa li ak pwòp kay pa li, nan vil sila li te sove ale a.’”
JOS 20:7 Konsa, yo te mete akote Kédesh nan Galilée nan peyi ti kolin yo a Nephtali, Sichem nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Kirjath-Arba (sa vle di, Hébron) nan peyi ti kolin Juda a.
JOS 20:8 Lòtbò Jourdain an, sòti Jéricho vè lès, yo te dezinye Betser nan dezè a sou plèn nan pou tribi Ruben an, Ramoth nan Galaad pou tribi Gad la ak Golan nan Basan pou tribi Manassé a.
JOS 20:9 Sila yo se te vil yo chwazi pou tout fis Israël yo, pou etranje ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san eksprè, kapab sove ale rive la e pa mouri pa men a vanjè san an jiskaske li vin kanpe devan asanble a.
JOS 21:1 Epi chèf lakay a Levit yo te pwoche Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak tèt lakay a tribi fis Israël yo.
JOS 21:2 Yo te pale avèk yo Silo, nan peyi Canaan an, e te di: “SENYÈ a te kòmande pa Moïse pou bannou vil pou viv ladann, avèk patiraj pou bèt nou yo.”
JOS 21:3 Konsa, fis Israël yo te bay Levit yo soti nan eritaj pa yo vil sila yo avèk tè patiraj yo selon kòmand SENYÈ a.
JOS 21:4 Epi tiraj osò a te sòti pou fanmi a Keatit yo. Epi fis a Aaron yo, prèt la, ki te apatyen a Levit yo, te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan tribi Juda, nan tribi Siméon, ak nan tribi Benjamin.
JOS 21:5 Rès nan fis Keatit yo te resevwa dis vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi a Éphraïm yo, soti nan tribi a Dan lan ak nan mwatye tribi a Manassé a.
JOS 21:6 Fis a Guerschon yo te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi Issacar a, nan tribi Aser a, nan tribi Nephtali a ak nan mwatye tribi Manassé a nan Basan.
JOS 21:7 Fis a Merari yo selon fanmi pa yo te resevwa douz vil soti nan tribi Ruben, soti nan tribi Gad ak soti nan tribi Zabulon.
JOS 21:8 Alò fis Israël yo te bay selon tiraj osò a Levit yo, vil sila yo avèk tèren patiraj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse la.
JOS 21:9 Yo te bay vil sila ki mansyone pa non soti nan tribi a fis Juda yo e soti nan tribi a fis Siméon yo;
JOS 21:10 epi yo te pou fis Aaron yo, youn nan fanmi a Keatit yo, nan fis Levi yo; paske premye tiraj osò a se te pou yo.
JOS 21:11 Konsa, yo te ba yo Kirjath-Arba, Arba ki te papa a Anak (ki vle di Hébron), nan peyi ti kolin yo nan Juda, avèk tèren patiraj ki te antoure li yo.
JOS 21:12 Men chan a vil avèk bouk li yo, yo te bay yo a Caleb, fis a Jephunné a, kòm posesyon pa l.
JOS 21:13 Konsa, a fis Aaron yo, prèt la, yo te bay Hébron, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk tèren patiraj pa li yo ak Libna avèk tèren patiraj pa li,
JOS 21:14 epi Jatthir avèk tèren patiraj pa li, Eschthemoa avèk tèren patiraj pa li,
JOS 21:15 epi Olon avèk tèren patiraj pa li, Debir avèk tèren patiraj pa li,
JOS 21:16 epi Aïn avèk tèren patiraj pa li, Jutta avèk tèren patiraj pa li, Beth- Schémesch avèk tèren patiraj pa li; nèf vil soti nan de tribi sila yo.
JOS 21:17 Soti nan tribi Benjamin an, Gabaon avèk tèren patiraj pa li ak Guéba avèk tèren patiraj pa li,
JOS 21:18 Anathoth avèk tèren patiraj pa li ak Almon avèk tèren patiraj pa li; kat vil.
JOS 21:19 Tout vil a fis Aaron yo, prèt yo, te trèz vil avèk tèren patiraj pa yo.
JOS 21:20 Epi vil yo soti nan tribi Éphraïm nan te sòt tonbe pou fanmi a Kehath yo, Levit yo, jis rive nan lòt fis a Kehath yo.
JOS 21:21 Yo te bay yo Sichem, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk tèren patiraj pa li, nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Guézer avèk tèren patiraj pa li,
JOS 21:22 epi Kibtsaïm avèk tèren patiraj pa li, Beth-Horon avèk tèren patiraj pa li, Guibbethon avèk tèren patiraj pa li; kat vil.
JOS 21:23 Soti nan tribi Dan nan, Eltheke avèk tèren patiraj pa li, Guibbethon avèk tèren patiraj pa li,
JOS 21:24 Ajalon avèk tèren patiraj pa li, Gath-Rimmon avèk tèren patiraj pa li; kat vil.
JOS 21:25 Soti nan mwatye tribi Mannassé a, Thaanac avèk tèren patiraj pa li ak Gath-Rimmon avèk tèren patiraj pa li; de vil.
JOS 21:26 Tout vil yo avèk tèren patiraj pa yo pou fanmi a lòt fis a Kehath yo te dis.
JOS 21:27 A fis Guerschon yo, youn nan fanmi a Levit yo soti nan mwatye tribi Manassé a, te tonbe Golan nan Basan, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk tèren patiraj pa li ak Beeschthra avèk tèren patiraj pa li; de vil.
JOS 21:28 Soti nan tribi Issacar, Kischjon avèk tèren patiraj pa li, Dabrath avèk patiraj pa li,
JOS 21:29 Jarmuth avèk patiraj pa li, En-Gannim avèk patiraj pa li; kat vil.
JOS 21:30 Soti nan tribi Aser, Mischal avèk tèren patiraj pa li ak Abdon avèk tèren patiraj pa li,
JOS 21:31 Helkath avèk tèren patiraj pa li ak Rehob avèk patiraj pa li; kat vil.
JOS 21:32 Soti nan tribi Nephtali, Kédesch nan Galilée, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk patiraj pa li ak Hammoth-Dor avèk patiraj pa li; twa vil.
JOS 21:33 Tout vil a Gèchonit yo, selon fanmi pa yo te trèz vil avèk tèren patiraj pa yo.
JOS 21:34 A fanmi a fis Merari yo, rès nan Levit yo, soti nan tribi Zabulon, Jokneam avèk patiraj pa li ak Kartha avèk patiraj pa li.
JOS 21:35 Dimna avèk patiraj pa li, Nahalal avèk patiraj pa li, kat vil.
JOS 21:36 Soti nan tribi Ruben an, Betser avèk patiraj pa li ak Jahtsa avèk patiraj pa li,
JOS 21:37 Kedémonth avèk tèren patiraj pa li ak Méphaath avèk tèren patiraj pa li; kat vil.
JOS 21:38 Soti nan tribi Gad la, Ramoth nan Galaad, vil azil la ak Mahanaïm avèk tèren patiraj pa li,
JOS 21:39 Hesbon, avèk tèren patiraj pa li, Jaezer avèk tèren patiraj pa li; kat vil antou.
JOS 21:40 Tout sila yo te vil a fis Merari yo selon fanmi pa yo, rès a fanmi a Levit yo. Tiraj osò pa yo a te douz vil.
JOS 21:41 Tout vil a Levit ki te nan mitan posesyon a fis Israël yo te karann-tuit vil avèk tèren patiraj pa yo.
JOS 21:42 Chak nan vil sila yo te gen tèren patiraj pa li ki te antoure li. Se konsa li te ye avèk tout vil sila yo.
JOS 21:43 Konsa, SENYÈ a te bay Israël tout peyi ke Li te sèmante pou bay a zansèt pa yo, e yo te posede li pou viv ladann.
JOS 21:44 Epi SENYÈ a te ba yo repo toupatou, selon tout sa ke Li te sèmante a zansèt pa yo e nanpwen youn nan lènmi yo ki te kanpe devan yo. SENYÈ a te mete tout lènmi yo nan men yo.
JOS 21:45 Pa menm youn nan bon pwomès ke SENYÈ a te fè kay Israël la pa t manke akonpli. Yo tout te vin rive.
JOS 22:1 Konsa, Josué te rele tout Ribenit yo ak Gadit yo ak mwatye tribi Manassé a.
JOS 22:2 Li te di yo: “Nou te swiv tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou an e nou te koute vwa m nan tout sa ke m te kòmande nou yo.
JOS 22:3 Nou pa t abandone frè nou yo pandan tout jou sila yo, jis rive jodi a, men nou te kenbe lòd a kòmandman a SENYÈ a, Bondye nou an.
JOS 22:4 Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te bay repo a frè nou yo, jan Li fenk pale yo a. Pou sa, vire koulye a e ale nan tant pa nou yo, nan peyi posesyon pa nou an, ke Moïse, sèvitè Bondye a, te bannou lòtbò Jourdain an.
JOS 22:5 Sèlman, fè atansyon pou swiv kòmandman an ak lalwa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou an, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, epi mache nan tout chemen Li yo, kenbe kòmandman Li yo, kenbe fèm a Li menm, e sèvi Li avèk tout kè nou e ak tout nanm nou.”
JOS 22:6 Epi Josué te beni yo. Li te voye yo ale, e yo te ale nan pwòp tant pa yo.
JOS 22:7 Alò, a mwatye tribi sila ki te pou Manassé a, Moïse te ba yo yon posesyon nan Basan; men a lòt la, Josué te ba yo yon posesyon pami frè yo nan lwès lòtbò Jourdain an. Konsa, lè Josué te voye yo ale nan tant yo, li te beni yo,
JOS 22:8 epi li te di yo: “Retounen vè tant nou yo avèk gran richès, avèk yon gran kantite bèt, avèk ajan, lò, bwonz, fè, e avèk anpil rad. Divize piyaj a lènmi nou yo avèk frè nou.”
JOS 22:9 Fis a Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te retounen kite fis Israël yo nan Silo, ki te nan peyi Canaan an, pou ale nan peyi Galaad, nan peyi ke yo te posede a, selon kòmand a SENYÈ a ki te soti nan Moïse la.
JOS 22:10 Lè yo te vini nan rejyon Jourdain an, ki nan peyi Canaan an, fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te bati yon lotèl la akote Jourdain an, yon lotèl ki parèt byen gran.
JOS 22:11 Lè fis Israël yo te tande afè sa a, yo te di: “Gade byen, fis Ruben yo ak fis Gad yo ak mwatye tribi Manassé a gen tan bati yon lotèl nan fwontyè peyi Canaan an, nan rejyon Jourdain an, sou bò ki pou fis Israël yo.”
JOS 22:12 Lè fis Israël yo te vin tande sa a, tout asanble a fis Israël yo te rasanble yo nan Silo pou monte kont yo nan lagè.
JOS 22:13 Alò, fis Israël yo te voye prèt la, Phinées, fis Éléazar a, kote fis Ruben yo avèk fis Gad yo ak mwatye tribi Manassé a pou antre nan peyi Galaad la.
JOS 22:14 Ansanm avèk li, dis chèf yo, yon chèf pou kay a chak fanmi zansèt nan tribi Israël yo; epi yo chak se te tèt an chèf kay fanmi zansèt li pami milye an Israël yo.
JOS 22:15 Yo te vin kote fis Ruben yo, kote fis Gad yo ak kote mwatye tribi Manassé a, nan peyi Galaad la. Yo te pale avèk yo e te di:
JOS 22:16 “Konsa pale tout kongregasyon a SENYÈ a: ‘Ki zak movèz fwa sa ye ke nou te komèt kont Bondye Israël la? Poukisa nou vire kite chemen SENYÈ a jodi a pou bati yon lotèl pou fè rebèl kont SENYÈ a jodi a?
JOS 22:17 Èske inikite Peor a pa t sifi pou nou, nan sila nou poko pwòp jis rive jodi a, sepandan yon epidemi te vin parèt sou asanble SENYÈ a,
JOS 22:18 ke nou bezwen vire kite Jodi a chemen SENYÈ a? Si nou fè rebèl kont SENYÈ a Jodi a, Li va fache avèk tout asanble Israël la demen.
JOS 22:19 Si, malgre sa, peyi posesyon nou an pa pwòp, alò, travèse antre nan peyi posesyon SENYÈ a, kote tabènak SENYÈ a kanpe a pou vin pran posesyon pami nou. Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a, ni fè rebèl kont nou avèk lotèl ke nou bati pou kont nou an, anplis ke lotèl SENYÈ a, Bondye nou an.
JOS 22:20 Èske Acan, fis Zérach la, pa t aji an movèz fwa nan zafè bagay ki te dedye anba ve a e kòlè te tonbe sou tout asanble a SENYÈ a? Epi se pa mesye sa a sèl ki te peri nan inikite l la.’”
JOS 22:21 Epi fis Ruben yo ak fis Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te reponn e te pale avèk chèf an tèt fanmi a Israël yo.
JOS 22:22 Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Li menm ki konnen! E Li menm va kite Israël konnen tou a. Si se te nan rebelyon, oswa si se nan movèz fwa, yon zak ki fèt kont SENYÈ a, pa sove lavi nou jodi a!
JOS 22:23 Si nou bati pou kont nou yon lotèl pou detounen pa swiv SENYÈ a, oswa si pou nou ofri yon ofrann brile, oswa yon ofrann sereyal sou li, oswa si se pou ofri sakrifis lapè sou li, ke SENYÈ a, li menm, fè demann sa a.
JOS 22:24 “Men anverite, si nou pa t fè sa avèk lakrent Bondye avèk yon bi ki te di ke: ‘Nan tan k ap vini an, fis ou yo kapab di a fis nou yo: “Ki relasyon nou gen avèk SENYÈ a, Bondye Israël la?
JOS 22:25 Paske SENYÈ a te fè Jourdain nan yon lizyè antre nou ak ou, nou menm, fis a Ruben yo ak fis a Gad yo. Nou pa gen pòsyon nan SENYÈ a.”’” Pou sa a, li ta kab fèt ke fis ou yo ta ka petèt fè pitit pa nou vin pa gen krent SENYÈ a.
JOS 22:26 “Pou sa, nou te di: ‘Annou bati yon lotèl, pa pou ofrann brile ni pou sakrifis;
JOS 22:27 men sa va pou yon temwen antre nou avèk ou menm ak antre jenerasyon ki swiv nou yo, ke nou kapab fè sèvis SENYÈ a devan Li avèk ofrann brile nou, avèk sakrifis nou yo e avèk ofrann lapè nou yo;’ pou fis pa w yo pa vin di a fis pa nou yo nan tan ki pou vini an: ‘Nou pa gen pòsyon nan SENYÈ a.’
JOS 22:28 “Pou sa, nou te di, ‘Li va osi vin rive ke si yo di sa a nou, oswa a jenerasyon nou k ap vini an, alò nou va di: “Nou wè modèl lotèl ke zansèt nou yo te fè a, pa pou ofrann brile, ni pou fè sakrifis; men olye de sa, li se yon temwen antre nou menm ak ou menm.”’
JOS 22:29 Lwen de nou ke nou ta fè rebèl kont SENYÈ a pou vin detounen pa swiv SENYÈ a jodi a, pou nou ta bati yon lotèl ofrann brile, oswa ofrann sereyal, oswa sakrifis, ot ke lotèl ki pou SENYÈ a, Bondye nou an, ki devan tabènak pa Li a!”
JOS 22:30 Lè Phinées, prèt la, avèk chèf asanble yo, menm chèf an tèt a fanmi zansèt Israël ki te avèk li yo, te tande pawòl ke fis Ruben yo, fis Gad yo ak fis Manassé yo te pale, sa te fè kè yo kontan.
JOS 22:31 Phinées, fis a Éléazar a, prèt la, te di a fis Ruben yo, fis Gad yo ak fis Manassé yo: “Jodi a, nou konnen ke SENYÈ a pami nou, akoz nou pa t fè zak malonèt sila a kont SENYÈ a. Koulye a, nou gen tan livre fis Israël yo soti nan men SENYÈ a.”
JOS 22:32 Alò, Phinées, fis a Éléazar a, prèt la, avèk chèf yo te retounen sòti nan fis Ruben yo ak nan fis Gad yo, nan peyi Galaad la, yo te rive nan peyi Canaan an vè fis Israël yo e te pote pawòl sa ba yo.
JOS 22:33 Pawòl la te fè kè kontan pami fis Israël yo, e fis Israël yo te beni Bondye. Yo pa t pale ankò afè fè lagè pou detwi peyi kote fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo te rete a.
JOS 22:34 Fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo te rele lotèl la “Temwen an Antre Nou, ke SENYÈ a Se Bondye.”
JOS 23:1 Alò, li te vin rive apre anpil jou, lè SENYÈ a te bay repo a Israël kont tout lènmi yo nan tout kote, e Josué te vin vye, avanse nan laj,
JOS 23:2 ke Josué te rele tout Israël, tout ansyen yo avèk chèf an tèt yo avèk jij yo ak ofisye yo. Li te di yo: “Mwen vin vye, avanse nan laj.
JOS 23:3 Konsa, nou te wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a tout nasyon sila yo akoz nou menm. Paske se SENYÈ a, Bondye nou an, ki t ap goumen pou nou an.
JOS 23:4 Nou wè, mwen te apòsyone pou nou nasyon sila ki rete yo kòm eritaj pou tribi nou yo, avèk tout nasyon ke mwen te koupe retire nèt yo, soti nan Jourdain an jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche.
JOS 23:5 SENYÈ a, Bondye nou an, li va pouse yo sòti devan nou e chase yo soti pou nou pa wè yo. Konsa, nou va posede peyi yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pwomèt nou an.
JOS 23:6 Pou sa, Kenbe fèm! Sonje e fè tout sa ki ekri nan liv lalwa Moïse la, pou nou pa vire akote li, ni adwat, ni agoch.
JOS 23:7 Ke nou pa asosye avèk nasyon sila yo, sila ki toujou rete pami nou yo, ni nonmen non a dye pa yo, ni fè pèsòn sèmante pa yo, ni sèvi yo, ni bese devan yo.
JOS 23:8 Men nou dwe kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke nou te fè jis Jodi a.
JOS 23:9 Paske SENYÈ a te chase deyò, nasyon ki gran e ki gen fòs soti devan nou. Epi pou nou menm, nanpwen pèsòn ki te konn kanpe devan nou jis Jodi a.
JOS 23:10 Youn nan moun pa nou yo va fè yon milye sove ale; paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li menm ki goumen pou nou jan Li te pwomèt nou an.
JOS 23:11 Pou sa, veye tèt nou anpil pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an.
JOS 23:12 Paske si nou janm retounen pou kole a lòt nasyon sila yo, sila ki rete toujou pami nou yo, e vin fè maryaj avèk yo, pou nou vin nan relasyon avèk yo, e yo menm avèk nou,
JOS 23:13 konnen, anverite, ke SENYÈ a, Bondye nou an, p ap kontinye chase nasyon sila yo sòti devan nou; men yo va vin yon pèlen ak yon pyèj pou nou, yon frèt bò kote nou ak pikan nan zye nou, jiskaske nou peri sòti nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an.
JOS 23:14 Alò, gade, jodi a, mwen ap fè chemen ki oblije fèt pou tout tè a. Konsa, nou konnen nan tout kè nou ak nan tout nanm nou, ke pa menm yon mo nan tout pawòl ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pale konsènan nou menm pa t manke akonpli. Tout te vin akonpli pou nou. Pa youn nan yo pa t manke.
JOS 23:15 Li va vin rive a nou menm ke menm jan tout bon bagay ke SENYÈ a Bondye nou an te pale de nou te vin rive, ke menm jan, SENYÈ a va mennen fè rive sou nou tout menas, jiskaske Li fin detwi nou e fè nou sòti nèt nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an,
JOS 23:16 si nou transgrese akò a SENYÈ a, Bondye nou an, ke Li te kòmande nou an, pou ale sèvi lòt dye yo e bese devan yo. Konsa, kòlè Bondye va brile kont nou e nou va peri vit, pou nou kite bon peyi ke Li te bannou an.”
JOS 24:1 Josué te rasanble tout tribi Israël yo nan Sichem. Li te rele ansyen Israël yo, chèf an tèt pa yo, jij pa yo ak ofisye pa yo. Yo te prezante yo menm devan Bondye.
JOS 24:2 Josué te di a tout pèp la: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Depi nan tan ansyen yo, zansèt nou yo te viv lòtbò Rivyè a. Menm Térach, papa Abraham nan, ak papa a Nachor, te sèvi lòt dye yo.
JOS 24:3 Epi Mwen te pran zansèt nou an, Abraham, pou l soti lòtbò Rivyè a. Mwen te mennen li pase nan tout peyi a Canaan yo. Mwen te miltipliye desandan li yo e te bay li Isaac.
JOS 24:4 A Isaac, Mwen te bay Jacob avèk Ésaü. A Ésaü, Mwen te bay Mòn Séir pou posede l, men Jacob avèk fis li yo te desann an Égypte.
JOS 24:5 “‘Epi Mwen te voye Moïse avèk Aaron pou te toumante Égypte pa sa Mwen te fè nan mitan li yo. Epi apre, Mwen te mennen nou sòti.
JOS 24:6 Mwen te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e nou te rive bò kote lanmè a. Konsa, Égypte te kouri dèyè zansèt nou yo avèk cha ak sòlda sou cheval yo jis rive nan Lamè Wouj la.
JOS 24:7 Men lè yo te kriye vè SENYÈ a, Li te mete tenèb antre nou menm avèk Ejipsyen yo. Mwen te mennen lanmè a sou yo pou te kouvri yo, epi pwòp zye pa nou te wè sa Mwen te fè an Égypte. Konsa, nou te viv nan dezè a pandan anpil tan.
JOS 24:8 “‘Alò, Mwen te mennen nou antre nan peyi Amoreyen ki te rete lòtbò Jourdain an. Yo te goumen avèk nou, epi Mwen te livre yo nan men nou. Nou te pran posesyon a peyi pa yo a e Mwen te detwi yo devan nou.
JOS 24:9 Konsa, Balak, fis Tsippor a, wa Moab la, te leve pou te goumen kont Israël, e li te voye rele Balaam, fis a Beor a, pou modi nou.
JOS 24:10 Men Mwen pa t dakò koute Balaam. Konsa, li te oblije beni nou, e Mwen te delivre nou soti nan men li.
JOS 24:11 “‘Nou te travèse Jourdain an pou te rive Jéricho, epi pèp Jéricho yo te goumen kont nou; Amoreyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo avèk Etyen yo avèk Gigazyen yo, Evyen yo ak Jebizyen yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men nou.
JOS 24:12 Apre, Mwen te voye gèp la devan nou e li te chase fè sòti wa Amoreyen yo devan nou, men pa akoz nepe nou ni banza nou.
JOS 24:13 Mwen te bannou yon peyi pou sila nou pa t travay, vil ke nou pa t bati e nou te viv ladan yo. N ap manje nan chan rezen avèk chan doliv ke nou pa t plante.’
JOS 24:14 “Koulye a, pou sa, gen lakrent SENYÈ a e sèvi Li avèk bon kè ak verite. Mete akote dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a ak an Égypte pou sèvi SENYÈ a.
JOS 24:15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”
JOS 24:16 Pèp la te reponn e te di: “Se lwen de nou pou nou ta abandone SENYÈ a pou sèvi lòt dye yo;
JOS 24:17 paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki te mennen nou avèk zansèt nou yo monte sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la, ki te fè gwo sign sila yo nan mitan nou. Se Li ki te pwoteje nou nan tout chemen kote nou pase e pami tout pèp nan mitan a sila nou te pase yo.
JOS 24:18 SENYÈ a te pouse fè sòti devan nou tout pèp yo, menm Amoreyen ki te viv nan peyi a. Konsa, nou osi, nou va sèvi SENYÈ a; paske se Li menm ki Dye nou.”
JOS 24:19 Alò, Josué te di a pèp la: “Nou p ap kapab sèvi SENYÈ a, paske Li se yon Bondye ki sen. Li se yon Bondye ki jalou. Li p ap padone transgresyon nou yo oswa peche nou yo.
JOS 24:20 Si nou abandone SENYÈ a pou sèvi dye etranje yo; alò, Li va vire fè nou mal e vin manje nou nèt apre Li te fin fè nou byen.”
JOS 24:21 Pèp la te di a Josué: “Non, men nou va sèvi SENYÈ a.”
JOS 24:22 Josué te di a pèp la: “Nou se temwen kont pwòp tèt nou ke nou te chwazi pou kont nou SENYÈ a, pou sèvi Li.” Yo te reponn: “Nou se temwen.”
JOS 24:23 “Koulye a, pou sa, mete akote dye etranje ki nan mitan nou yo e tounen kè nou vè SENYÈ a, Bondye Israël la.”
JOS 24:24 Pèp la te di a Josué: “Nou va sèvi SENYÈ a, Bondye nou an e nou va obeyi vwa Li.”
JOS 24:25 Konsa, Josué te fè yon akò avèk pèp la nan jou sa a. Li te fè pou yo yon lwa ak yon règleman nan Sichem.
JOS 24:26 Josué te ekri pawòl sila yo nan liv lalwa Bondye a; epi li te pran yon gwo wòch e te fè l kanpe la anba gwo bwadchenn ki te akote sanktyè SENYÈ a.
JOS 24:27 Josué te di a tout pèp la: “Gade byen, wòch sa a va tankou yon temwen kont nou; paske li te tande tout pawòl SENYÈ a te pale nou yo. Konsa, li va tankou yon temwen kont nou, pou nou pa vin enfidèl anvè Bondye nou an.”
JOS 24:28 Konsa, Josué te voye tout pèp la ale. Yo chak rive nan pwòp eritaj pa yo.
JOS 24:29 Li te vin rive apre bagay sa yo ke Josué, fis a Nun nan, sèvitè Bondye a, te vin mouri, avèk laj san-dis ane.
JOS 24:30 Yo te antere li nan tèritwa eritaj li nan Thimnath-Sérach, ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, sou nò a mòn Gaasch.
JOS 24:31 Israël te sèvi SENYÈ a pandan tout jou a Josué yo, tout jou a ansyen ki te vivan nan tan Josué yo, e yo te konnen tout zèv SENYÈ a te fè pou Israël.
JOS 24:32 Alò, yo te antere zo Joseph yo, ke fis Israël yo te mennen monte soti Égypte, nan Sichem, nan mòso tè ke Jacob te achte nan men fis a Hamor yo, papa a Sichem, pou san pyès lajan an. Konsa, yo te devni eritaj a fis Joseph yo.
JOS 24:33 Anplis, Éléazar, fis a Aaron an te vin mouri. Yo te antere li nan Guibeath-Phinées, ki te bay a fis li nan peyi ti kolin a Éphraïm yo.
JDG 1:1 Alò, li vin rive apre lanmò Josué ke fis Israël yo fè yon demann SENYÈ a. Yo te di: “Kilès ki va premye pou vin monte pou nou kont Kananeyen yo pou goumen kont yo?”
JDG 1:2 SENYÈ a te reponn: “Juda va monte. Veye byen, Mwen te mete peyi a nan men l.”
JDG 1:3 Konsa, Juda te di a Siméon, frè li: “Vini avè m nan tèren ki te vin tonbe pou mwen an, pou nou kapab goumen kont Kananeyen yo. Epi lè nou retounen, mwen va ale avè w nan tèren pa w la.” Konsa Siméon te ale avèk li.
JDG 1:4 Juda te monte e SENYÈ a te livre Kananeyen yo avèk Ferezyen yo nan men yo. Yo te bat di-mil lòm Bézek.
JDG 1:5 Yo te rankontre Adoni Bézek nan Bézek. Yo te goumen kont li, e yo te bat Kananeyen yo avèk Ferezyen yo.
JDG 1:6 Men Adoni Bézek te sove ale. Yo te kouri dèyè li pou te kenbe li e yo te koupe pous li avèk gwo zòtèy li.
JDG 1:7 Adoni Bézek te di: “Swasann-dis wa avèk pous avèk gwo zòtèy koupe te konn ranmase manje anba tab mwen. Jan ke m te konn fè a, konsa Bondye te rekonpanse mwen.” Konsa, yo te mennen li Jérusalem e la, li te mouri.
JDG 1:8 Alò, fis Juda yo te goumen kont Jérusalem. Yo te kaptire li. Yo te frape li avèk lam nepe e yo te mete dife nan vil la.
JDG 1:9 Apre, fis a Juda yo te desann pou goumen kont Kananeyen ki te rete nan peyi ti kolin yo ak nan Negev la ak nan ba plèn nan.
JDG 1:10 Konsa, Juda te ale kont Kananeyen ki te rete Hébron yo (alò, non Hébron avan an se te Kirjath-Arba.) Yo te frape Schéschaï avèk Ahiman ak Talmaï.
JDG 1:11 Soti la, li te ale kont sila ki te rete Debir yo. (Alò, non Debir se te Kirjath-Sépher)
JDG 1:12 Epi Caleb te di: “Sila ki atake Kirjath-Sépher e ki kaptire li a; a li menm, mwen va bay fi mwen an, Acsa kòm madanm li.”
JDG 1:13 Othniel, fis a Kenaz la, pi jèn frè a Caleb la te kaptire li. Konsa, li te ba li fi li a kòm madanm.
JDG 1:14 Epi li te vin rive ke lè Acsa te vin kote li, ke li te konvenk li mande papa li yon chan. Li te desann bourik li, e Caleb te di: “Kisa ou vle?”
JDG 1:15 Li te di li: “Beni mwen. Akoz ou te ban mwen peyi nan Negev la, ban m sous dlo yo tou.” Konsa, Caleb te ba li sous piwo avèk sous piba yo.
JDG 1:16 Desandan Kenyen yo, bòpè Moïse la, te monte soti nan vil pal yo avèk fis Juda yo. Yo soti nan dezè a Juda ki vè sid Arad la, epi yo te monte pou rete avèk pèp sila yo.
JDG 1:17 Konsa, Juda te ale avèk Siméon, frè li a, e yo te frape Kananeyen ki te rete Tsephath yo. Yo te detwi li nèt. Konsa, non a vil la te rele Horma.
JDG 1:18 Anplis, Juda te pran Gaza avèk tèritwa ki te pou li a, ak Askalon avèk tèritwa pa li a, ak Ékron avèk tèritwa pa li a.
JDG 1:19 Alò SENYÈ a te avèk Juda, e te chase met dèyo tout sa yo ki te viv nan peyi ti kolin yo. Men yo pa t ka chase mete deyò pèp ki te rete nan vale yo, akoz yo te gen cha yo ki te fèt an fè.
JDG 1:20 Alò, yo te bay Hébron a Caleb, jan Moïse te pwomèt yo a; epi li te chase fè sòti twa fis Anak yo.
JDG 1:21 Men fis a Benjamin yo pa t chase mete Jebizyen ki te rete nan Jérusalem yo deyò. Pou sa, Jebizyen yo te rete pami fis Benjamin yo jis rive jodi a.
JDG 1:22 Menm jan an, lakay Joseph te monte kont Béthel e SENYÈ a te avèk yo.
JDG 1:23 Lakay Joseph te fè espyonaj Béthel. Alò, vil sa, avan lè te rele Luz.
JDG 1:24 Espyon yo te wè yon nonm ki t ap sòti nan vil la. Yo te di li: “Souple, montre nou kote pou nou antre nan vil la, e nou va fè ou gras.”
JDG 1:25 Konsa, li te montre yo antre vil la e yo te frape vil la avèk lam nepe. Men yo te kite mesye sa a, ak tout fanmi li an libète.
JDG 1:26 Mesye sila a te antre nan peyi Etyen yo. Li te bati yon vil e te ba li non Luz, epi se konsa li rele jis rive jodi a.
JDG 1:27 Men Manassé pa t pran posesyon Beth-Schean avèk bouk pa li yo, ni Thannac avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Dor yo avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Jibleam yo avèk bouk pa li yo, ni moun ki te rete Meguiddo avèk bouk pa li yo. Konsa, Kananeyen yo te kontinye viv nan peyi sa a.
JDG 1:28 Li te vin rive ke lè Israël te vin fò, ke yo te fòse Kananeyen yo fè travo fòse, men yo pa t chase yo fè yo sòti nèt.
JDG 1:29 Éphraïm pa t chase fè sòti Kananeyen ki t ap viv Guézer yo, men Kananeyen yo te viv Guézer pami yo.
JDG 1:30 Zabulon pa t chase fè sòti pèp ki te rete Kitron yo, ni pèp ki te rete Nahalol yo. Konsa, Kananeyen yo te rete pami yo e te vin sijè a travo fòse.
JDG 1:31 Aser pa t chase mete deyò pèp a Acco yo, ni pèp a Sidon yo, ni sila a Achlal yo, ni a Heba, ni a Aczib, ni a Rehob yo.
JDG 1:32 Konsa, Aserit yo te rete pami Kananeyen yo, pèp peyi a. Paske, yo pa t chase mete yo deyò.
JDG 1:33 Nephtali pa t chase mete deyò pèp a Beth-Schémesch yo, ni pèp a Beth-anath yo. Men yo te viv pami Kananeyen yo, pèp peyi a, epi pèp peyi Beth-Schémesch avèk Beth-Anath yo te vin fè travo fòse pou yo.
JDG 1:34 Konsa, Amoreyen yo te pouse fis a Dan yo antre nan peyi ti kolin yo, epi te anpeche yo antre nan vale a.
JDG 1:35 Malgre sa, Amoreyen yo te pèsiste rete nan Mòn Hérès, nan Ajalon ak nan Schaalbim. Men lè pouvwa kay Joseph la te vin fò, yo te oblije fè travo fòse.
JDG 1:36 Lizyè a Amoreyen yo te kouri soti nan monte Akrabim nan, soti Séla pou monte piwo.
JDG 2:1 Alò, zanj SENYÈ a te monte soti Guilgal a Bokim. Li te di: “Mwen te mennen nou sòti an Égypte, e Mwen te mennen nou antre nan peyi ke M te sèmante a zansèt nou yo. Epi Mwen te di: ‘Mwen p ap janm kraze akò Mwen avèk nou.
JDG 2:2 Konsa, pou nou menm, nou p ap fè okenn akò avèk pèp peyi sila yo. Nou va chire lotèl pa yo.’ Men nou pa t obeyi Mwen. Kisa sa ye ke nou fè la a?
JDG 2:3 Pou sa, Mwen te di anplis, ‘Mwen p ap pouse yo sòti devan nou, men yo va devni tankou zepin akote nou e dye pa yo va vin yon pèlen pou nou.’”
JDG 2:4 Lè zanj SENYÈ a te pale pawòl sa yo a tout fis Israël yo, pèp la te leve vwa pa yo pou te kriye.
JDG 2:5 Pou sa, yo te bay plas sa non Bokim, epi la, yo te fè sakrifis bay SENYÈ a.
JDG 2:6 Lè Josué te fin fè pèp la ale, fis Israël yo te ale yo chak nan pwòp eritaj pa yo pou posede tèren an.
JDG 2:7 Pèp la te sèvi Josué pandan tout jou a Josué yo e tout jou a ansyen ki te sèvi Josué yo, ki te wè tout gran zèv SENYÈ a te fè pou Israël yo.
JDG 2:8 Epi Josué, fis a Nun nan, Sèvitè SENYÈ a, te mouri nan laj san-dis ane.
JDG 2:9 Yo te antere li nan tèritwa eritaj pa li, nan Thimnath-Hérès nan peyi ti kolin Éphraïm yo, vè nò a Mòn Gaasch.
JDG 2:10 Tout jenerasyon sila a, osi, te vin ranmase vè zansèt pa yo. Konsa, te vin leve yon lòt jenerasyon apre yo ki pa t rekonèt SENYÈ a, ni nonplis zèv ke Li te fè pou Israël yo.
JDG 2:11 Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a, e yo te sèvi Baal yo.
JDG 2:12 Yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo sòti nan peyi Égypte la pou te swiv lòt dye yo, soti nan dye a pèp ki te antoure yo. Yo te bese yo ba devan yo. Konsa, yo te pwovoke SENYÈ a a lakòlè.
JDG 2:13 Yo te abandone SENYÈ a pou te sèvi Baal avèk Astarté yo.
JDG 2:14 Lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te livre yo nan men a piyajè ki te piyaje yo. Li te vann yo antre nan men a lènmi ki te antoure yo pou yo pa t kab kanpe ankò devan lènmi yo.
JDG 2:15 Nenpòt kote ke yo te ale, men SENYÈ a te kont yo pou mal, jan SENYÈ a te pale yo a, jan Li te sèmante a yo a. Konsa, vrèman yo te vin gen gwo pwoblem.
JDG 2:16 Alò, SENYÈ a te fè leve jij ki te livre yo soti nan men a sila ki t ap piyaje yo.
JDG 2:17 Malgre sa, yo pa t koute jij yo, paske yo te fè pwostitiye dèyè lòt dye yo, e te bese yo ba anvè yo. Yo te vire akote byen vit soti nan chemen an nan sila zansèt yo te mache ak obeyisans lòd a SENYÈ yo. Yo pa t fè tankou yo.
JDG 2:18 Lè SENYÈ a te konn fè leve yon jij pou yo, SENYÈ a te avèk jij la, e te delivre pèp la nan men lènmi yo pandan tout jou a jij yo. Konsa, SENYÈ a te vin gen pitye pou yo akoz sila ki te oprime ak aflije yo.
JDG 2:19 Men li te konn rive ke nan lè jij la vin mouri, yo ta vire tounen pou aji pi konwonpi pase zansèt yo. Yo te swiv lòt dye yo pou sèvi yo, e bese ba devan yo. Yo pa t janm abandone zèv sila yo, ni chemen tèt mato yo.
JDG 2:20 Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te di: “Akoz nasyon sa a te transgrese akò ke Mwen te kòmande zansèt yo, e pa t koute vwa M,
JDG 2:21 Mwen menm tou, Mwen va sispann chase devan yo, okenn nan nasyon ke Josué te kite la lè l te mouri yo,
JDG 2:22 pou pase Israël a leprèv pa yo menm, pou wè si yo va kenbe chemen a SENYÈ a pou mache ladann jan zansèt pa yo te fè a oswa non.”
JDG 2:23 Konsa SENYÈ a te pèmèt ke nasyon sa yo rete pami yo, e pa t pouse yo sòti vit. Li pa t livre yo nan men Josué.
JDG 3:1 Alò, sila yo se nasyon ke SENYÈ a te kite pou sèvi kòm eprèv pou Israëlit yo ki potko konn fè lagè avèk Kananeyen yo.
JDG 3:2 Konsa li konn rive ke jenerasyon a fis Israël ki pa t konn fè lagè, ta kapab enstwi.
JDG 3:3 Nasyon sa yo se: senk prens nan nasyon Filisten yo, tout Kananeyen yo, Sidonyen yo ak Evyen ki te rete nan Mòn Liban yo, soti nan Mòn Baal-Hermon, jis rive nan Lebo-Hamath.
JDG 3:4 Yo te pou pase a leprèv Israël, pou dekouvri si yo ta obeyi kòmand ke SENYÈ a te kòmande zansèt yo pa Moïse.
JDG 3:5 Fis Israël yo te rete pami Kananeyen yo, Etyen ak Jebizyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo ak Evyen yo.
JDG 3:6 Yo te pran fi pa yo pou yo menm kòm madanm, yo te bay pwòp fi yo a fis pa yo, e yo te sèvi dye pa yo.
JDG 3:7 Fis Israël yo te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a, e yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a pou te sèvi Baal avèk Aseroth yo.
JDG 3:8 Alò, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël jiskaske Li te vann yo nan men a Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie a. Konsa, fis Israël yo te sèvi Cuschan-Rischeathaïm pandan uit ane.
JDG 3:9 Lè fis Israël yo te vin kriye fò a SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou delivre yo, Othniel, fis a Kenaz la, ti frè a Caleb la.
JDG 3:10 Lespri SENYÈ a te vini sou li pou li te jije Israël lè li te sòti pou fè lagè. SENYÈ a te livre Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie an, nan men l, e li te vin genyen sou Cuschan-Rischeathaïm.
JDG 3:11 Alò, peyi a te vin gen repo pandan karant ane, men Othniel, fis a Kenaz la, te vin mouri.
JDG 3:12 Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a ankò. Pou sa, SENYÈ a te ranfòse Églon, wa Moab la, kont Israël, akoz yo te fè mal nan zye SENYÈ a.
JDG 3:13 Li te ranmase a li menm fis a Ammon yo, avèk Amalek. Konsa, li te ale bat Israël pou yo te posede vil pye palmis yo.
JDG 3:14 Fis Israël yo te sèvi Églon, wa Moab la, pandan dizuit ane.
JDG 3:15 Men lè fis Israël yo te vin kriye fò bay SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou yo, Éhud, fis a Guéra a, Benjamit lan, yon nonm goche. Konsa, pa li menm, fis a Israël yo te voye kòb angajman yo bay Églon, wa Moab la.
JDG 3:16 Éhud te fè pou kont li yon nepe avèk lam file de bò, yon koude nan longè e li te mare li nan kwis dwat li, anba manto li.
JDG 3:17 Li te prezante kòb angajman an bay Églon, wa Moab la. Alò, Églon te yon mesye byen gra.
JDG 3:18 Li te vin rive ke lè li te fin prezante kòb la, li te fè moun pa l yo ki te pote don an sòti.
JDG 3:19 Men li menm te vire sòti kote zidòl ki te Guilgal yo, e te di: “Mwen gen yon mesaj sekrè pou ba ou, O Wa.” Epi li menm wa a te di: “Rete an silans.” Epi tout sila ki te sèvi li yo te pati.
JDG 3:20 Éhud te vin vè li pandan li te chita sèl nan chanm twati fre li a. Epi Éhud te di li: “Mwen gen yon mesaj ki sòti nan Bondye pou ou.” Li te leve sou chèz li a.
JDG 3:21 Konsa, Éhud te lonje men goch li, te pran nepe a soti nan kwis dwat li e te pase l nèt travèse vant li.
JDG 3:22 Manch lan osi te antre anndan l apre lam nan e grès te vin kouvri sou lam nan; paske li pa t retire nepe a sòti nan vant li e salte vant lan te vin sòti ladann.
JDG 3:23 Alò, Éhud te sòti sou galeri gran chanm nan, te fèmen pòt a chanm twati dèyè li yo, e li te kadnase yo.
JDG 3:24 Lè l te fin sòti, sèvitè li yo te vin gade; epi vwala, pòt a chanm twati yo te kadnase. Konsa yo te di: “L ap sèlman okipe bezwen li nan chanm fre a.”
JDG 3:25 Yo te tann jiskaske yo te vin twouble, men gade byen, li pa t vin ouvri pòt a chanm twati a. Pou sa, yo te pran kle a pou te louvri yo, epi gade byen, mèt yo a te tonbe atè a mouri nèt.
JDG 3:26 Alò, Éhud te chape pandan yo te mize a. Li te pase kote zidòl yo e te chape rive Seïra.
JDG 3:27 Li te vin rive ke lè li te parèt, li te soufle twonpèt peyi ti kolin Éphraïm yo. Konsa, fis Israël yo te vin desann avè l soti nan peyi ti kolin yo, e li menm te ale devan yo.
JDG 3:28 Li te di yo: “Kouri dèyè yo, paske SENYÈ a gen tan livre lènmi nou yo, Moabit yo, nan men nou.” Epi yo te desann dèyè yo pou te sezi yo kote Jourdain ki anfas Moab la, e yo pa t kite pèsòn janbe.
JDG 3:29 Yo te frape fè tonbe nan tan sa a anviwon di-mil Moabit. Yo tout te gason vanyan e fò. Nanpwen ki te chape.
JDG 3:30 Konsa, Moab te soumèt nan jou sa a anba men Israël. Epi peyi a pa t gen boulvèsman ankò pandan katre-ven ane.
JDG 3:31 Apre li te vin Schamgar, fis a Anath la, ki te frape fè tonbe sis-san Filisten avèk yon baton ki pou pouse bèf kabwa. Li menm tou te libere Israël.
JDG 4:1 Alò, fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a, apre Éhud te fin mouri.
JDG 4:2 Konsa, SENYÈ a te vann yo nan men a Jabin, wa Kananeyen an, ki te renye nan Hatsor. Kòmandan lame li a te Sisera, ki te rete Haroscheth-Goïm.
JDG 4:3 Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan.
JDG 4:4 Alò, Débora, yon pwofetès, madanm a Lappidoth, t ap jije Israël nan tan sila a.
JDG 4:5 Li te konn chita anba pye palmis a Débora a antre Rama avèk Béthel nan peyi ti kolin Ephraïm yo, epi fis Israël yo te konn vin vè li pou l fè jijman.
JDG 4:6 Alò, li te voye kòmande Barak, fis a Abinoam nan, pou l soti nan Kedesh-Nephtali. Li te di l: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo.
JDG 4:7 Mwen va atire fè vin parèt Sisera, kòmandan lame Jabin nan vini avèk cha li yo ak anpil sòlda yo vè larivyè Kishon, e mwen va mete li nan men ou.”
JDG 4:8 Alò, Barak te di li: “Si ou prale avèk mwen, alò, m ap prale, men si ou pa prale avè m, mwen p ap prale.”
JDG 4:9 Li te di: “Mwen va vrèman ale avèk ou. Malgre, lonè p ap pou ou nan vwayaj ke w ap fè a, paske SENYÈ a va vann Sisera nan men a yon fanm.” Konsa, Débora te leve e te ale avèk Barak pou rive Kédesch.
JDG 4:10 Barak te rele Zabulon ak Nephtali ansanm pou rive Kédesch, epi di-mil lòm te monte avèk li. Anplis, Débora te monte avèk li.
JDG 4:11 Alò, Héber, Kenyen an te rete apa de Kenyen yo, fis Hobab yo, bòpè Moïse la, e te monte tant li byen lwen jis nan bwatchenn ki nan Tsaannaïm nan, ki toupre Kédesch la.
JDG 4:12 Yo te di Sisera ke Barak, fis a Abinoam nan, te monte vè Mòn Thabor.
JDG 4:13 Sisera te rele ansanm tout cha li yo, nèf-san cha an fè ak tout pèp ki te avèk li yo, soti nan Haroscheth de Goïm yo jis rive nan larivyè Kishon.
JDG 4:14 Debora te di a Barak: “Leve! Paske sa se jou nan sila SENYÈ a vin mete Sisera nan men ou! Veye byen, SENYÈ a gen tan sòti devan ou.” Konsa Barak te sòti desann Mòn Thabor avèk di-mil lòm ki t ap swiv li.
JDG 4:15 SENYÈ a te boulvèse Sisera avèk tout cha yo ak tout lame a avèk lam nepe devan Barak, epi Sisera te desann cha li e te sove ale a pye.
JDG 4:16 Men Barak te kouri dèyè cha yo avèk lame a jis rive Haroscheth-Goïm e tout lame Sisera a te tonbe pa lam nepe. Nanpwen youn ki te rete.
JDG 4:17 Alò, Sisera te sove ale sòti nan pye a tant Jaël la, madanm a Héber a, Kenyen an; paske te gen lapè antre Jabin, wa Hatsor a ak lakay Héber, Kenyen an.
JDG 4:18 Jaël te sòti deyò pou rankontre Sisera, e li te di li: “Vire akote, mèt mwen, vire akote vè mwen! Pa pè.” Epi li te vire akote li nan tant lan, e li te kouvri li avèk yon tapi.
JDG 4:19 Li te di li: “Souple, ban mwen yon ti dlo pou m bwè; paske mwen swaf.” Konsa, li te ouvri yon boutèy lèt pou te bay li bwè ladann, epi li te kouvri li.
JDG 4:20 Li te di li: “Kanpe nan pòtay tant lan, epi li va rive ke si yon moun vin mande ou, e di: ‘Èske gen moun la a?’ Ou va di: ‘Non.’”
JDG 4:21 Men Jaël, madanm a Héber a, te pran yon pikèt tant lan. Li te pran yon mato nan men li, e li te pwoche li dousman. Konsa, li te frape pikèt la fè l kreve tèt li jis rive atè, paske li te fatige nèt e li t ap dòmi. Konsa, li te mouri.
JDG 4:22 Epi veye byen, pandan Barak t ap kouri dèyè Sisera, Jaël te parèt deyò e te di l: “Vini pou mwen montre ou nonm ke w ap chache a.” Epi li te antre avèk li. Vwala, Sisera te kouche la mouri nèt avèk pikèt tant lan nan fon li.
JDG 4:23 Konsa, Bondye te imilye, nan jou sa a, Jabin, wa Kananeyen an, devan fis Israël yo.
JDG 4:24 Men a fis Israël yo te peze pi lou e pi lou sou Jabin, wa Kananeyen an, jiskaske yo te detwi Jabin, wa Kananeyen an.
JDG 5:1 Alò, Débora avèk Barak, fis a Abinoam nan te chante jou sa a. Yo te di:
JDG 5:2 “Akoz chèf yo te dirije Israël, akoz pèp la te pran desizyon, beni SENYÈ a!
JDG 5:3 “Tande O wa yo! Bay zòrèy nou, O gran chèf yo! Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante. Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la.
JDG 5:4 “SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir, lè Ou te mache soti nan chan Édom an, tè a te tranble e syèl la te fonn, menm nwaj yo te degoute dlo.
JDG 5:5 Mòn yo te souke devan prezans SENYÈ a, Sinai sila a, devan prezans SENYÈ a, Bondye a Israël la.
JDG 5:6 “Nan jou a Schamgar a, fis a Anath la, nan jou a Jaël yo, gran chemen yo te abandone, e vwayajè yo te pase pa lòt ti chemen.
JDG 5:7 Aktivite abitan yo te sispann. Yo te sispann an Israël, jiskaske mwen menm, Débora, te vin leve. Jiskaske m te leve, yon manman an Israël.
JDG 5:8 Yo te pito dye nèf yo. Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo. Èske gen lans, èske gen nepe, pami karant-mil lòm an Israël yo?
JDG 5:9 Kè m apiye vè chèf Israël yo, mesye ki parèt ak bòn volonte pami pèp la. Beni SENYÈ a!
JDG 5:10 “Pale, Nou menm ki monte bourik blan yo, nou menm ki chita sou tapi chè yo, ak nou menm ki vwayaje sou wout la.
JDG 5:11 Lwen bwi achè yo, nan kote y ap rale dlo, la yo va rakonte zèv ladwati a SENYÈ a, zèv ladwati pou moun li yo an Israël. “Epi pèp SENYÈ a te desann nan pòtay yo.
JDG 5:12 ‘Leve, leve, Débora! Leve, leve, chante yon chan! Leve, Barak, e mennen kaptif ou yo, O fis Abinoam nan.’
JDG 5:13 “Retay prens yo ak chèf yo te desann. SENYÈ a te desann pou mwen kont pwisan yo.
JDG 5:14 Sila yo rasinen nan Amalek te soti nan Ephraïm. Yo t ap swiv ou, Benjamin, avèk pèp ou a. Soti nan Makir, kòmandan yo te desann. E soti nan Zabulon, sila ki voye baton pouvwa yo.
JDG 5:15 Prens Issacar yo te avèk Débora. Tankou Issacar, konsa Barak. Nan vale a, yo te plonje dèyè talon li. Akote kous dlo Ruben yo, yo te pran desizyon.
JDG 5:16 Poukisa nou chita pami pak mouton yo pou tande kri a bann mouton yo? Akote kous dlo Ruben yo, te gen kè ki manke pran desizyon.
JDG 5:17 Galaad te rete lòtbò Jourdain an. Poukisa Dan te rete nan bato yo? Ak Aser ki chita bòdmè a akote ti flèv yo?
JDG 5:18 Men Zabulon, yon pèp ki pa t konsidere lavi yo jiska devan lanmò; ak Nephtali tou, nan lye wo sou chan an.
JDG 5:19 “Wa yo te parèt. Yo te goumen; wa Kananeyen yo te goumen kote Thaanac, toupre dlo a Méguiddo yo. Yo pa t pran piyaj an ajan.
JDG 5:20 Zetwal yo te goumen soti nan syèl la, soti nan kous yo, yo te goumen kont Sisera.
JDG 5:21 Dlo ravin, larivyè Kishon te pran yo ale, ansyen dlo ravin nan, dlo ravin Kishon an. O nanm mwen mache avanse ak fòs.
JDG 5:22 Epi zago cheval yo te bat akoz kous la; kous a tout gwo zago pwisan sa yo.
JDG 5:23 ‘Modi Méroz di zanj SENYÈ a! Modi pèp ki rete la a nèt, akoz yo pa t vini ede SENYÈ a kont pwisan yo.’
JDG 5:24 “Beni pase tout fanm yo se Jaël, madanm Héber a, Kenyen an. Se pi beni li ye pase tout fanm nan tant lan.
JDG 5:25 Li te mande dlo; li te ba li lèt. Nan yon veso byen bèl, li te pote ba li bòl lèt yo.
JDG 5:26 Li te lonje men li pou pran pikèt la, men dwat la pou mato ouvriye a. Konsa, li te frape Sisera. Li te kraze tèt li. Wi, li te kraze fwontèn tèt li a.
JDG 5:27 Antre janm li yo, li te tonbe. La, li kouche. Kote gason an te bese a, la, li te tonbe mò.
JDG 5:28 “Deyò fenèt la, fi a te gade byen twouble: Manman Sisera te gade anndan treyi a. ‘Poukisa cha l la fè reta konsa? Poukisa nou poko tande bwi a a pye cheval cha li yo, k ap frape tè a pou l rive?’
JDG 5:29 Demwazèl saj li yo tap reponn li; Anverite, li menm te repete pawòl yo nan pwòp tèt li
JDG 5:30 ‘Èske se pa ke yo te jwenn, ke y ap divize piyaj la? Yon demwazèl, menm de demwazèl pou chak gèrye; pou Sisera, yon piyaj bèl twal fonse, piyaj a yon twal anbeli trese byen fen; yon mendèv très doub sou kou a piyajè a?’
JDG 5:31 “Se konsa pou kite tout lènmi Ou yo peri, O SENYÈ, men ke sila ki renmen Li yo vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.” Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.
JDG 6:1 Epi fis Israël yo te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te livre yo nan men a peyi Madian an pandan sèt ane.
JDG 6:2 Pouvwa Madian nan te domine kont Israël. Akoz Madian, fis Israël yo te fè pou yo menm kavo ki te nan mòn ak gwòt avèk sitadèl avèk wòch.
JDG 6:3 Paske se te lè Israël te fin simen ke Madyanit yo ta vin monte avèk Amalekit yo ak fis yo nan lès pou ale kont yo.
JDG 6:4 Konsa, yo te fè kan kont yo, detwi tout pwodwi tè a jis rive Gaza, e pa t kite anyen pou manje an Israël, ni mouton, bèf, ni bourik.
JDG 6:5 Paske, yo te monte vin parèt avèk tout bèt yo, ak tant yo. Yo te antre an fòs kantite tankou krikèt zèl volan. Kantite a yo menm avèk chamo pa yo te depase kontwòl. Yo te vin antre nan tè a pou devaste li.
JDG 6:6 Konsa, Israël te desann ba akoz Madian, e fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a.
JDG 6:7 Koulye a, li vin rive ke lè fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a akoz Madian,
JDG 6:8 ke SENYÈ a te voye yon pwofèt bay fis Israël yo. Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Israël la ‘Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti an Egypte e te mennen nou sòti nan kay esklavaj la.
JDG 6:9 Mwen te delivre nou soti nan men a Ejipsyen yo, ak men a tout sila ki te oprime nou yo. Mwen te chase yo devan nou, e te bannou peyi pa yo.
JDG 6:10 Mwen te di nou: “Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou gen krent dye Amoreyen yo nan peyi kote nou rete a.” Men nou pa t koute vwa M.’”
JDG 6:11 Alò zanj SENYÈ a te vin chita anba bwadchenn ki te Ophra a, ki te pou Joas, Abiezerit la. Nan lè sa a, Gédéon, fis li a, t ap bat ble nan preswa diven an, pou sove li kont Madyanit yo.
JDG 6:12 Zanj SENYÈ a te parèt a li e te di li: “SENYÈ a avèk ou, O gèrye vanyan an”.
JDG 6:13 Epi Gédéon te di li: “O senyè mwen, si SENYÈ a avèk nou, poukisa tout bagay sa yo vin rive nou? Epi ki kote tout mirak Li yo ke zansèt nou yo te konn pale nou yo? Konsa li te di: ‘Èske SENYÈ a pa t mennen nou sòti an Egypte?’ Men koulye a, SENYÈ a gen tan abandone nou e livre nou nan men a Madian.”
JDG 6:14 SENYÈ a te gade li e te di: “Ale ak sa ki pwòp fòs ou, e delivre Israël nan men Madyanit yo. Èske se pa Mwen ki voye ou?”
JDG 6:15 Li te di Li: “O SENYÈ, kijan mwen kapab delivre Israël? Gade byen, fanmi mwen, se pi piti a nan Manassé e Mwen se pi piti a lakay papa m.”
JDG 6:16 Men SENYÈ a te di li: “Anverite, Mwen va avèk ou e ou va genyen Madian tankou yon sèl gason.”
JDG 6:17 Konsa Gédéon te di Li: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye Ou; alò, montre mwen yon sign ke se Ou menm ki pale avè m.
JDG 6:18 Souple, pa kite isit la jiskaske mwen vin kote Ou pou pote ofrann mwen e mete l devan Ou.” Epi Li te reponn: “M ap rete jiskaske ou tounen.”
JDG 6:19 Alò, Gédéon te antre anndan an. Li te prepare yon jèn ti kabrit avèk pen san ledven avèk yon efa farin. Li te mete vyann nan nan yon panyen ak sòs li nan yon kivèt. Li te pote yo deyò kote li a, anba bwadchenn nan e li te prezante yo.
JDG 6:20 Zanj Bondye a te di li: “Pran vyann nan avèk pen san ledven an. Mete yo sou wòch sila e vide sòs la.” Epi konsa li te fè.
JDG 6:21 Konsa, zanj SENYÈ a te lonje pwent baton li, ki te nan men li pou te touche vyann nan avèk pen san ledven an, epi dife te vòltije sòti nan wòch la pou te konsome vyann nan nèt ansanm avèk pen san ledven an. Epi zanj SENYÈ a te disparèt devan zye li.
JDG 6:22 Lè Gédéon te wè ke se te zanj SENYÈ a, li te di: “Anmwey, O Senyè Bondye! Koulye a, mwen gen tan wè zanj SENYÈ a fasafas.”
JDG 6:23 Senyè a te reponn li: “Lapè avèk ou, pa pè. Ou p ap mouri.”
JDG 6:24 Alò Gédéon te bati yon lotèl la pou SENYÈ a. Li te rele lotèl la “SENYÈ a se Lapè”. Jis rive jodi a, li toujou la nan Ophra a Abizerit yo.
JDG 6:25 Alò, nan menm nwit lan, SENYÈ a te di li: “Pran towo papa ou avèk yon dezyèm towo a laj sèt ane. Konsa, rale desann lotèl Baal ki pou papa ou a e koupe poto Astarté ki akote li a.
JDG 6:26 Epi bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye ou an, sou tèt fòterès sila nan yon jan ki an lòd. Epi pran yon lòt towo e ofri li avèk bwa ki te nan poto Astarté ke ou va koupe mete atè a.”
JDG 6:27 Alò, Gédéon te pran dis mesye nan sèvitè li yo, e li te fè jan SENYÈ a te pale li a. Epi akoz li te pè lakay papa li ak mesye lavil yo, li pa t fè l nan lajounen, men pandan lannwit.
JDG 6:28 Lè mesye lavil yo te leve granmmaten, vwala, lotèl Baal la te kase, epi poto Astarté ki te akote li a te koupe, e dezyèm towo te gen tan ofri sou lotèl la ki te fin bati.
JDG 6:29 Yo te di a youn lòt: “Se kilès ki te fè bagay sa a?” Lè yo fè ankèt pou mande, yo te di: “Gédéon, fis a Joas la te fè bagay sa a.”
JDG 6:30 Alò, mesye lavil yo te di a Joas: “Mennen fis ou a sòti pou l mouri, paske li te chire lotèl Baal la e anverite, li gen tan koupe mete atè poto Astarté ki te akote li a.”
JDG 6:31 Men Joas te di a tout moun ki te kanpe kont li yo: “Èske nou va plede kòz a Baal yo oswa èske se nou ki pou delivre li? Sila ki plede kòz li a, va mete a lanmò avan maten. Si se yon dye ke li ye, kite li plede pou pwòp tèt li, pou kòz a moun nan ki te chire lotèl li.”
JDG 6:32 Pou sa, nan jou sa a, li te bay a Gédéon non Jerubbaal, ki vle di, “Kite Baal plede pou kont li”, akoz li te chire lotèl li.”
JDG 6:33 Epi tout Madyanit avèk Amalekit yo avèk fis a lès yo te rasanble yo menm. Yo te janbe pou te fè kan an nan vale Jizréel la.
JDG 6:34 Konsa, Lespri SENYÈ a te vin sou Gédéon, epi li te soufle twonpèt la, epi Abizerit yo te rele ansanm pou swiv li.
JDG 6:35 Li te voye mesaje yo toupatou nan Manassé e yo tout te rasanble ansanm pou swiv li. Konsa, li te voye mesaje a Aser, Zabulon ak Nephtali pou yo te vin monte, rankontre ak yo.
JDG 6:36 Gédéon te di a Bondye: “Si Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a,
JDG 6:37 gade byen, mwen va mete yon touf len sou glasi a; si gen lawouze sèl sou touf la, e li sèch sou tout tè a, alò, mwen va konnen ke Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a.”
JDG 6:38 Epi se konsa sa te ye. Lè li leve granmaten e te peze touf la, li peze fè sòti nan touf la yon bòl plen dlo.
JDG 6:39 Alò, Gédéon te di a Bondye: “Pa kite kòlè ou brile kont mwen pou m kab pale yon fwa ankò. Souple, kite mwen fè yon tès yon fwa ankò avèk touf la. Kite sa fèt, koulye a, ke se sèl touf la ki sèch e kite l gen lawouze sou tout tè a.”
JDG 6:40 Bondye te fè sa nan nwit lan; paske li te seche sèl touf la e lawouze te sou tout tè a.
JDG 7:1 Epi Jerubbaal (sa vle di Gédéon) avèk tout pèp ki te avèk li a te leve granmmaten e te fè kan an kote sous Harod la. Kan Madian an te vè nò de yo menm, akote ti mòn Moreh nan vale a.
JDG 7:2 SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la ki avèk ou a twòp pou M ta delivre Madian nan men yo, paske Israël ta vin ògeye, e di: ‘Se pouvwa mwen ki delivre mwen.’
JDG 7:3 Pou sa, vin pwoklame nan zòrèy a tout pèp la, e di: ‘Nenpòt moun ki gen lakrent e k ap tranble, ke li retounen sòti nan Mòn Galaad.’” Konsa, venn-de-mil moun te retounen; men te gen di-mil moun ki te rete.
JDG 7:4 Alò, SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la twòp toujou. Mennen yo desann kote dlo a, e Mwen va pase yo a leprèv pou ou la. Konsa li va ye ke si M di ou: ‘Sila a prale avè w’, l ap prale; men a tout sila ke M di w: ‘Sila a pa prale’, li pa prale.”
JDG 7:5 Konsa, li te mennen pèp la desann vè dlo a. Epi SENYÈ a te di a Gédéon: “Ou va separe tout sila ki lape dlo a avèk lang yo tankou chen ak, anplis sila ki mete kò l ajenou pou bwè yo.”
JDG 7:6 Alò, kantite a sila ki te lape dlo a, ki pa rale l nan men yo pou rive nan bouch yo se te twa-san lòm, e rès yo te mete yo ajenou pou bwè.
JDG 7:7 SENYÈ a te di a Gédéon: “Mwen va delivre nou avèk twa-san lòm sila ki te lape dlo yo e yo va mete Madyanit yo nan men nou. Pou sa, kite tout lòt moun yo ale, tout moun rive lakay yo.”
JDG 7:8 Konsa, twa-san lòm te pran pwovizyon a pèp la, avèk twonpèt pa yo nan men yo. Epi Gédéon te voye tout lòt mesye Israël yo chak nan pwòp tant pa yo, men te kenbe twa-san mesye yo. Kan Madian an te anba nan vale a.
JDG 7:9 Alò, menm nwit lan, li te vin rive ke SENYÈ a te vin di li: “Leve, desann nan kan an, paske mwen te livre li nan men ou.
JDG 7:10 Men si ou pè desann, ale avèk Pura, sèvitè ou a, anba nan kan an.
JDG 7:11 Ou va tande kisa yo di: apre sa, men w ap vin fò pou ou kapab desann kont kan an.” Konsa, li te ale avèk Pura, sèvitè li a, anba kote avan-gad a lame ki te nan kan yo.
JDG 7:12 Alò, Madyanit yo avèk Amalekit yo ak tout fis a lès la, te kouche nan vale a. Yo te plis an kantite pase krikèt volan, epi chamo pa yo te twòp pou konte, an gran nonb tankou grenn sab bò lanmè a.
JDG 7:13 Lè Gédéon te rive, veye byen, yon nonm t ap revele yon rèv a zanmi li. Li t ap di: “Gade byen, mwen te fè yon rèv; yon mòso pen lòj te tonbe antre nan kan Madian an. Li te rive nan tant lan, li te frape li pou l te tonbe, e, konsa, li te vire l tèt anba pou l kouche plat.”
JDG 7:14 Zanmi li an te reponn: “Sa se pa anyen mwens ke nepe a Gédéon an, fis a Joas la, yon nonm de Israël. Bondye te mete Madian avèk tout kan an nan men li.”
JDG 7:15 Lè Gédéon te tande afè rèv la ak entèpretasyon li, li te bese an adorasyon. Li te retounen nan kan Israël la, e li te di: “Leve, paske SENYÈ a gen tan mete kan Madian an nan men nou.”
JDG 7:16 Li te divize twa-san lòm yo an twa konpayi, e li te mete twonpèt yo avèk krich vid yo nan men yo tout, avèk tòch yo anndan krich yo.
JDG 7:17 Li te di yo: “Gade mwen, e fè menm bagay la. Epi veye byen, lè m rive kote bò kan an, fè menm sa ke m fè a.
JDG 7:18 Lè mwen avèk tout sila ki avè m yo soufle twonpèt la, alò, nou, osi, nou va soufle twonpèt yo toutotou kan an, e nou va di: ‘Pou SENYÈ a e pou Gédéon.’”
JDG 7:19 Konsa, Gédéon avèk san mesye ki te avèk li yo te rive bò kan an, nan kòmansman premye ve a, lè yo te fenk plase gad yo. Konsa, yo te soufle twonpèt la e te kraze krich ki te nan men yo.
JDG 7:20 Lè twa konpayi yo te soufle twonpèt yo e kraze krich yo, yo te kenbe tòch yo nan men goch avèk twonpèt yo nan men dwat pou soufle, e yo te kriye fò: “Yon nepe pou SENYÈ a ak pou Gédéon!”
JDG 7:21 Tout moun te kanpe nan plas li ki te antoure kan an, epi tout lame a te sove ale. Yo te kriye fò e yo te pran flit.
JDG 7:22 Lè yo te soufle twa-san twonpèt yo, SENYÈ a te mete nepe a youn kont lòt e kont tout lanmè a nèt. Konsa, lame a te sove ale jis rive nan Beth-Schitta anvè Tseréra, jis rive nan Abel-Mehola akote Tabath.
JDG 7:23 Mesye Israël yo te rasanble sòti jis Nephtali avèk Aser ak tout Manassé, epi yo te kouri dèyè Madian.
JDG 7:24 Gédéon te voye mesaje toupatou nan peyi ti kolin Éphraïm yo. Li te di: “Vin desann kont Madian e pran dlo devan yo jis rive nan Beth-Bara avèk rivyè Jourdain an!”
JDG 7:25 Yo te kaptire de chèf dirijan a Madian yo, Oreb avèk Zeeb. Yo te touye Oreb nan wòch Oreb la, e yo te touye Zeeb nan pez divin Zeeb la, pandan yo t ap kouri dèyè Madian. Konsa, yo te pote tèt a Oreb avèk Zeeb bay Gédéon soti lòtbò Jourdain an.
JDG 8:1 Alò, mesye Éphraïm yo te di li: “Kisa nou te fè ou; kòmsi ou pa rele nou pou antre nan batay avèk Madian an?” Epi yo te menase li byen rèd.
JDG 8:2 Men li te di yo: “Kisa menm mwen te fè ki konpare avèk nou? Èske se pa vre ke li pi bon pou ranmase dèyè rekòlt Éphraïm nan pase fè gwo rekòlt nan chan Abiézer a?
JDG 8:3 Bondye vin mete chèf a Madian yo, Oreb avèk Zeeb nan men ou menm. Epi kisa mwen te reyisi fè ki konpare avèk nou?” Alò, chalè kòlè kont li te bese lè li te di sa a.
JDG 8:4 Konsa, Gédéon avèk twa-san lòm ki te avè l yo te rive nan Jourdain an e te travèse l. Yo te byen fatige, men toujou t ap kouri dèyè yo.
JDG 8:5 Li te di a mesye Succoth yo: “Souple, ban mwen pen pou pèp la k ap swiv mwen an, paske yo fatige, e mwen ap kouri dèyè Zébach avèk Tsalmunna, wa a Madian yo.”
JDG 8:6 Chèf Succoth yo te di: “Èske men a Zébach avèk Zalmunna deja nan men ou, pou nou ta bay pen a lame ou a?”
JDG 8:7 Gédéon te di: “Trè byen, lè SENYÈ a fin mete Zébach avèk Tsalmunna nan men m, m ap vin kale nou avèk pikan dezè yo e avèk chadwon savann nan.”
JDG 8:8 Li te monte soti la nan Penuel. Li te pale menm jan an avèk yo, epi mesye Penuel yo te reponn li menm jan mesye Succoth yo te reponn nan.
JDG 8:9 Konsa, li te pale osi avèk mesye Penuel yo, e li te di: “Lè m retounen an bon eta, m ap chire fò sa a.”
JDG 8:10 Alò, Zébach avèk Tsalmunna te nan Kakor, e lame yo te avèk yo, anviwon kenz-mil lòm, tout sila ki te rete nan lame a fis a lès yo nèt; paske sila ki te tonbe yo se te san-ven-mil mesye ak nepe.
JDG 8:11 Gédéon te monte pa chemen a sila ki te rete nan tant yo sou lès a Nobach avèk Jogbeha, e te atake lame a an lè yo pa t sispèk anyen.
JDG 8:12 Lè Zébach avèk Tsalmunna te fin sove ale, li te swiv yo. Li te kaptire de wa a Madian yo, Zébach avèk Tsalmunna e te mete tout lame a an dewout.
JDG 8:13 Konsa, Gédéon, fis a Joas la te retounen soti nan batay akote pant Héres la.
JDG 8:14 Li te kaptire yon jenn gason ki sòti Succoth e te kesyone l. Epi li te bay li detay prens a Succoth yo ak ansyen li yo, swasann-dis-sèt lòm.
JDG 8:15 Li te vini kote mesye Succoth yo e te di: “Gade byen, Zébach avèk Tsalmunna, pa sila nou te anmède mwen yo, lè nou te di: ‘Èske men a Zébach avèk Tsalmunna nan men ou deja, pou nou ta dwe bay pen a mesye ou ki fatige yo?’”
JDG 8:16 Li te pran ansyen lavil Succoth yo, e avèk pikan ak chadwon savann, li te enstwi yo.
JDG 8:17 Li te chire fò Penuel la e te touye mesye lavil yo.
JDG 8:18 Alò, li te di a Zébach avèk Tsalmunna: “Ki kalite mesye sa yo ke nou te touye Thabor a?” Epi yo te di: “Yo te sanble avèk ou. Yo tout te sanble a fis a yon wa.”
JDG 8:19 Li te di: “Yo se frè mwen, fis a manman m jan SENYÈ a viv la, si sèlman nou te kite yo viv, mwen pa t ap touye nou.”
JDG 8:20 Konsa, li te di a Jéther, premye ne li a: “Leve touye yo.” Men jennonm nan pa t rale nepe li, paske li te pè, paske li te toujou jèn.
JDG 8:21 Alò, Zébach avèk Tsalmunna te di: “Leve ou menm vin tonbe sou nou; paske jan yon gason ye, konsa fòs li ye.” Pou sa, Gédéon te leve e te touye Zébach avèk Tsalmunna e te pran òneman lin kaba yo ki te sou kou chamo yo.
JDG 8:22 Alò, mesye Israël yo te di a Gédéon: “Vin renye sou nou, ni ou menm ni fis ou yo, ni fis a fis ou yo, paske ou te delivre nou soti nan men Madian.”
JDG 8:23 Men Gédéon te di yo: “Mwen p ap renye sou nou, ni fis mwen p ap renye sou nou. Se SENYÈ a k ap renye sou nou.”
JDG 8:24 Men Gédéon te di yo: “Mwen ta fè yon demand a nou, pou nou chak ta ban mwen yon zanno soti nan piyaj li yo.” (Paske yo te gen zanno an lò, akoz se te Izmayelit ke yo te ye.)
JDG 8:25 Yo te di: “Anverite, n ap bay yo.” Konsa, yo te ouvri yon vètman e yo chak te jete yon zanno la soti nan piyaj yo.
JDG 8:26 Pèz a zanno lò sila ke li te mande yo se te mil-sèt-san sik, anplis bijou yo, kolye zòrèy yo, manto mov ki te pou wa Madian yo, e anplis, kolye kou chamo ki te sou kou chamo yo.
JDG 8:27 Gédéon te sèvi l pou fòme yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.
JDG 8:28 Konsa Madian te kraze ba devan fis Israël yo. Yo pa t leve tèt yo ankò. Epi peyi a te san twoub pandan karant ane nan jou a Gédéon yo.
JDG 8:29 Alò, Jerubbaal, fis a Joas la te ale rete nan pwòp kay li.
JDG 8:30 Gédéon te gen swasann-dis fis ki te desandan dirèk pa li, paske li te gen anpil madanm.
JDG 8:31 Mennaj li ki te nan Sichem, osi te fè yon fis pou li e li te bay li non Abimélec.
JDG 8:32 Konsa, Gédéon, fis a Joas la te mouri a yon laj granmoun, e li te antere nan tonm a papa li, Joas, nan Ophra ki te pou Abizerit yo.
JDG 8:33 Li te vin rive ke depi Gédéon te fin mouri, fis Israël yo ankò te jwe pwostitiye avèk Baal yo e te fè Baal-Berith dye pa yo.
JDG 8:34 Konsa, fis Israël yo pa t sonje SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te delivre yo nan men a tout lènmi pa yo tout kote.
JDG 8:35 Ni yo pa t bay favè a kay Jerubbaal (sa vle di, Gédéon) an akò avèk tout byen ke li te fè pou Israël yo.
JDG 9:1 Abimélec, fis a Jerubbaal la te ale nan Sichem vè fanmi manman li. Li te pale ak yo e a tout fanmi lakay granpapa li bò kote manman l. Li te di:
JDG 9:2 “Pale koulye a, pou tout chèf Sichem yo tande: ‘Kisa k ap pi bon pou nou, ke swasann-dis lòm, tout fis a Jerubbaal yo vin renye sou nou, oswa ke yon sèl moun renye sou nou?’ Anplis, sonje byen ke mwen se zo nou ak chè nou.”
JDG 9:3 Fanmi li yo te pale tout pawòl sila yo pou li menm kote pou tout chèf Sichem yo tande. Kè yo te apye vè Abimélec, akoz yo te di: “Li se fanmi nou.”
JDG 9:4 Yo te ba li swasann-dis pyès ajan soti lakay Baal-Berith, avèk sila Abimélec te anplwaye kalite mesye sanzave yo san kontwòl e yo te swiv li.
JDG 9:5 Konsa, li te ale lakay papa li nan Ophra e te touye frè li yo, fis a Jerubbaal yo, swasann-dis zòm, sou yon sèl wòch. Men Jotham, fis pi piti a Jerubbaal la te chape, akoz li te kache kò li.
JDG 9:6 Tout mesye a Sichem yo avèk tout Beth-Millo yo te rasanble ansanm pou yo te ale fè Abimélec wa kote bwadchenn nan akote pilye ki te Sichem nan.
JDG 9:7 Alò, lè yo te di Jotham sa, li te ale kanpe sou tèt Mòn Garizim nan. Li te leve vwa li pou rele fò Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O mesye Sichem yo, pou Bondye kapab tande nou.
JDG 9:8 Yon fwa pyebwa yo te ale pou onksyone yon wa sou yo. Yo te di a bwa doliv la: ‘Vin renye sou nou!’
JDG 9:9 “Men oliv la te di yo: ‘Èske mwen ta kite tout grès mwen, ke ni Bondye ni lèzòm onore, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa yo?
JDG 9:10 “Epi bwa yo te di a pye fig la: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’
JDG 9:11 “Men pye fig la te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite dousè mwen ak bon fwi mwen, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa yo?’
JDG 9:12 “Epi bwa te di a pye rezen an: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’
JDG 9:13 “Men pye rezen an te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite diven nèf mwen ki fè kè Bondye ak kè lèzòm kontan, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa?’
JDG 9:14 “An dènye, tout bwa yo te di a raje pikan yo: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’
JDG 9:15 “Epi raje pikan yo te di a bwa yo: ‘Si anverite w ap onksyone mwen kòm wa sou nou, vin pwoteje nou menm anba lonbraj mwen. Men si se pa sa, kite dife a sòti nan raje pikan an pou brile nèt tout sèd Liban yo.’
JDG 9:16 “Pou sa, si nou te aji an bòn fwa avèk entegrite nan fè Abimélec wa, si nou te aji byen avèk Jerubbaal avèk lakay li e te aji avèk li jan li te merite a——
JDG 9:17 paske papa m te goumen pou nou e li te riske lavi li pou te delivre nou nan men Madian.
JDG 9:18 Men nou te leve kont lakay papa m jodi a e nou te touye fis li yo, swasann-dis moun sou yon sèl wòch pou te fè Abimélec, fis a bòn lakay li a, wa sou mesye Sichem yo, akoz li se moun fanmi nou;
JDG 9:19 si, alò, an bòn fwa avèk entegrite, nou te aji avèk Jerubbaal avèk lakay li a nan jou sa a, rejwi nan Abimélec e ke li rejwi nan nou.
JDG 9:20 Men si se pa sa, ke dife sòti nan Abimélec pou manje nèt tout mesye a Sichem avèk Beth-Millo yo; epi ke dife sòti nan mesye Sichem nan ak Beth-Millo yo pou manje Abimélec nèt.”
JDG 9:21 Konsa, Jotham te sove ale pou te chape ale Beer e te rete la akoz Abimélec, frè li a.
JDG 9:22 Abimélec te renye sou Israël pandan twazan.
JDG 9:23 Epi Bondye te voye yon move lespri antre nan Abimélec avèk mesye Sichem yo. Konsa mesye a Sichem yo te aji an movèz fwa avèk Abimélec,
JDG 9:24 jiskaske vyolans ki te fèt a swasann-dis fis Jerubbaal yo te kapab remonte e san pa yo ta kapab vin poze sou Abimélec, frè yo a, ki te touye yo, ak sou mesye Sichem yo, ki te ranfòse men li pou l ta kab touye frè li yo.
JDG 9:25 Mesye Sichem yo te mete moun an anbiskad kont li sou tèt mòn yo e yo te vòlè tout moun ki te pase bò kote yo nan wout la. Tout sa te pale a Abimélec.
JDG 9:26 Alò Gaal, fis Ébed la, te vini avèk fanmi pa li yo pou te travèse Sichem, epi mesye Sichem yo te mete konfyans yo nan li.
JDG 9:27 Yo te antre nan chan an pou te ranmase rezen, te kraze yo anba pye e te fè yon fèt. Konsa, yo te antre lakay dye pa yo pou te manje, bwè, e te modi Abimélec.
JDG 9:28 Konsa, Gaal, fis a Ébed la te di: “Kilès Abimélec sa a ye, e kilès Sichem ye pou nou ta dwe sèvi li? Se pa fis a Jerubbaal la? Se pa Zebul ki lyetnan li? Sèvi pito mesye Hamor yo, fis a Sichem lan, men poukisa nou ta dwe sèvi li menm?
JDG 9:29 Pito sa, ke pèp sa a te anba otorite pa m! Konsa, mwen ta retire Abimélec.” Konsa li te pale Abimélec: “Fè lame ou a vin pi gran e vin parèt deyò!”
JDG 9:30 Lè Zebul, chèf lavil la te tande pawòl a Gaal yo, fis a Ébed la, kòlè li te vin brile.
JDG 9:31 Li te voye mesaje vè Abimélec pou twonpe li, e te di: “Veye byen, Gaal, fis a Ébed la avèk fanmi li te vini Sichem; epi gade, y ap konplote vil la kont ou.
JDG 9:32 Pou sa, fòk nou leve pandan nwit lan, nou menm avèk pèp nou an, pou kouche tann nan chan an.
JDG 9:33 Nan maten, depi solèy la leve, nou va leve bonè pou kouri sou vil la. Epi gade, lè li menm avèk pèp pa li a sòti deyò kont nou, nou va fè avèk yo nenpòt sa nou jwenn chans fè.”
JDG 9:34 Konsa, Abimélec avèk tout pèp ki te avèk li a, te leve pandan lannwit lan pou te kouche tann pou leve kont Sichem nan kat konpayi.
JDG 9:35 Alò Gaal, fis a Ébed la te sòti e te kanpe devan antre pòtay vil la. Konsa, Abimélec avèk pèp ki te avèk li yo te leve sòti nan anbiskad la.
JDG 9:36 Lè Gaal te wè pèp la, li te di a Zebul: “Gade, gen moun k ap desann soti nan tèt mòn yo.” Men Zebul te di: “Se lonbraj mòn ke w ap gade tankou moun nan.”
JDG 9:37 Gaal te pale ankò e te di: “Gade, se moun k ap desann soti nan pi wo pati tèren an, yon konpayi k ap pase pa chemen bwadchenn divinò yo.”
JDG 9:38 Konsa, Zébul te di li: “Kote ògèy ou fè koulye a, lè ou te di: ‘Kimoun Abimélec ye pou nou ta dwe sèvi li?’ Men se pa moun sa yo ke ou meprize konsa? Ale deyò koulye a pou batay avèk yo!”
JDG 9:39 Alò, Gaal te sòti deyò devan chèf Sichem yo pou te batay avèk Abimélec.
JDG 9:40 Abimélec te kouri dèyè li. Li te sove ale devan l, epi anpil te vin blese jis rive nan antre gran pòtay la.
JDG 9:41 Abimélec te viv nan Aruma; men Zebul te chase Gaal avèk fanmi li jiskaske yo pa t kab rete Sichem.
JDG 9:42 Alò, li te vin rive nan jou ki vini an, ke pèp la te sòti rive nan chan an, e yo te pale Abimélec tout sa.
JDG 9:43 Konsa, li te pran pèp li a e te divize yo an twa konpayi. Li te kouche tann nan chan an, e lè l te wè pèp ki t ap sòti nan vil la, li te leve kont yo e te touye yo.
JDG 9:44 Abimélec avèk konpayi ki te avè l la te kouri devan e te kanpe antre nan pòtay vil la. Lòt de konpayi yo te kouri sou tout moun ki te nan chan an e te touye yo.
JDG 9:45 Abimélec te goumen kont vil la pandan tout jounen an. Li te kaptire vil la e te touye pèp ki te ladann yo. Konsa, li te kraze vil la e te simen sèl ladann.
JDG 9:46 Lè tout chèf nan fò Sichem nan te tande sa, yo te antre kache nan chanm enteryè tanp El-Berith la.
JDG 9:47 Kèk moun te avèti Abimélec ke tout chèf fò Sichem nan te rasanble ansanm.
JDG 9:48 Konsa, Abimélec te monte Mòn Tsalmon an, ansanm ak tout pèp ki te avè l yo. Li te pran yon rach nan men l, e te koupe yon branch nan bwa yo. Li te leve li monte sou zepòl li, e te di pèp ki te avè l yo: “Sa nou wè ke m fè a, fè vit e fè l menm jan an.”
JDG 9:49 Tout pèp la te koupe branch yo menm jan an, yo te swiv Abimélec, yo te plase yo kont chanm enteryè a, e yo te limen chanm enteryè a avèk dife anwo sila ki te anndan yo. Konsa, tout mesye nan fò Sichem yo te mouri, anviwon mil gason ak fanm.
JDG 9:50 Epi Abimélec te ale Thébets. Yo te fè kan kont Thébets e yo te kaptire li.
JDG 9:51 Men te gen yon fò ki te byen fòtifye nan mitan vil la. Tout gason, ni fanm, ni tout chèf lavil la te sove ale rive la e te fèmen kò yo anndan, pou monte sou twati fò a.
JDG 9:52 Pou sa, Abimélec te vini vè fò a, e te goumen kont li. Li te pwoche antre nan fò a pou brile li avèk dife.
JDG 9:53 Men yon sèten fanm te jete yon wòch moulen (sila a ki sòti anwo nan moulen an) sou tèt Abimélec e te kraze zo tèt li.
JDG 9:54 Byen vit li te rele gason an ki te pote zam li yo. Li te di li: “Rale nepe ou touye mwen pou yo pa kab pale de mwen, ke yon fanm te touye m.” Konsa, jennonm nan te frennen li nèt e li te mouri.
JDG 9:55 Lè mesye Israël yo te wè ke Abimélec te mouri, yo tout te pati rive lakay yo.
JDG 9:56 Konsa, Bondye te rekonpanse mechanste Abimélec te fè a papa l, nan touye swasann-dis frè li yo.
JDG 9:57 Bondye te retounen tout mechanste a mesye Sichem yo sou pwòp tèt pa yo, epi madichon Jotham nan, fis Jerubbaal la, te vin sou yo.
JDG 10:1 Alò, apre Abimélec te fin mouri, Thola, fis a Puah a, fis a Dodo a, yon nonm Issacar, te leve pou delivre Israël. Li te rete Schamir, nan peyi ti kolin Éphraïm yo.
JDG 10:2 Li te jije Israël pandan venn-twazan. Li te mouri e te antere Schamir.
JDG 10:3 Apre li, Jaïr Galaadit la te leve pou te jije Israël pandan venn-dezan.
JDG 10:4 Li te gen trant fis ki te monte sou trant bourik. Konsa, yo te gen trant vil nan peyi Galaad, ke yo rele Havvoth-Jaïr jis rive jodi a.
JDG 10:5 Epi Jaïr te mouri e te antere Kamon.
JDG 10:6 Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li.
JDG 10:7 Kòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te vann yo nan men a Filisten yo ak nan men a fis Ammon yo.
JDG 10:8 Yo te aflije e te kraze fis Israël yo nan ane sa a. Pandan di-zuit ane, yo te aflije tout fis Israël ki te lòtbò Jourdain an nan Galaad nan peyi Amoreyen yo.
JDG 10:9 Fis a Ammon yo te travèse Jourdain an pou yo te kab, osi, batay avèk Juda, Benjamin, avèk lakay Éphraïm. Sa te fè gwo pwoblèm pou Israël.
JDG 10:10 Konsa, fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”
JDG 10:11 SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo?
JDG 10:12 Osi, lè Sidonyen yo, Amalekit yo avèk Maonit yo te oprime nou, nou te kriye fò ban Mwen, e Mwen te delivre nou soti nan men yo.
JDG 10:13 Malgre sa, nou te abandone Mwen pou sèvi lòt dye yo. Pou sa, Mwen p ap delivre nou ankò.
JDG 10:14 Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”
JDG 10:15 Fis Israël yo te di a SENYÈ a: “Nou te peche. Fè ak nou sa ki sanble bon a Ou menm; sèlman souple delivre nou jodi a.”
JDG 10:16 Konsa, yo te retire dye etranje sila ki te pami yo pou te sèvi SENYÈ a; epi Li pa t kab sipòte mizè Israël ankò.
JDG 10:17 Alò fis Ammon yo te rasanble; yo te fè kan Galaad. Epi fis a Israël yo te vin rasanble pou te fè kan an Mitspa.
JDG 10:18 Pèp la, chèf a Galaad yo te di: “Ki moun ki va ouvri batay la kont fis Ammon yo? Li menm, li va chèf sou tout pèp Galaad la.”
JDG 11:1 Alò, Jephthé, Galaadit la, te yon gèrye plen kouraj. Li te fis a yon pwostitiye. Galaad se te papa a Jephté
JDG 11:2 Madanm a Galaad te ba li fis yo; epi lè fis sa yo te vin grandi, yo te kouri dèyè Jephthé, mete li deyò e te di li: “Ou p ap fè eritaj lakay papa nou, paske ou se fis a yon lòt fanm.”
JDG 11:3 Konsa, Jephthé te sove ale devan frè li yo, pou li te viv nan peyi Tob la. Sanzave yo te rasanble yo antoure Jephthé e yo te konn ale andeyò avèk li.
JDG 11:4 Li te vin rive apre yon tan ke fis Ammon yo te goumen kont Israël.
JDG 11:5 Lè fis Ammon yo te goumen kont Israël, ansyen nan Galaad yo te ale jwenn Jephthé nan peyi Tob la.
JDG 11:6 Konsa, yo te di a Jephthé: “Vin fè chèf sou nou pou nou kab goumen kont fis Ammon yo.”
JDG 11:7 Jephthé te reponn a ansyen Galaad yo: “Èske nou pa t rayi mwen e chase mwen lwen lakay papa m? Poukisa, koulye a, nou vin devan m lè nou nan pwoblèm nan?”
JDG 11:8 Ansyen Galaad yo te di a Jephthé: “Se pou rezon sa a ke nou gen tan retounen bò kote ou, pou ou kapab ale avèk nou, goumen avèk fis Ammon yo e vin chèf sou tout pèp Galaad la.”
JDG 11:9 Pou sa, Jephthé te di a ansyen Galaad yo: “Si nou reprann mwen pou m kab goumen kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a livre yo nan men m, èske mwen va devni chèf an tèt nou?”
JDG 11:10 Ansyen a Galaad yo te di a Jephthé: “SENYÈ a se temwen antre nou. Anverite, nou va fè sa ou mande nou fè a.”
JDG 11:11 Konsa, Jephthé te ale avèk ansyen Galaad yo, e pèp la te fè li chèf sou yo. Konsa, Jephthé te pale tout pawòl li yo devan SENYÈ a nan Mitspa.
JDG 11:12 Jephthé te voye mesaje a wa a fis Ammon yo. Li te di: “Kisa ki gen antre ou menm avèk mwen menm, pou nou vin kote m pou goumen kont peyi mwen?”
JDG 11:13 Wa a fis Ammon yo te di a mesaje Jephthé yo: “Akoz Israël te pran peyi mwen lè yo te vin monte sòti an Egypte, jis soti nan Arnon pou rive Jabbok avèk Jourdain an. Konsa, remèt mwen yo koulye a, nan lapè.”
JDG 11:14 Men Jephthé te voye mesaje yo ankò vè wa a fis Ammon yo.
JDG 11:15 Li te di li yo: “Konsa pale Jephthé: “Israël pa t pran peyi Moab, ni peyi fis Ammon yo.
JDG 11:16 Paske, lè yo te monte sòti an Egypte, Israël te pase nan dezè a pou rive nan Lamè Wouj e te vin Kadès.
JDG 11:17 Alò, Israël te voye mesaje yo vè wa Édom an, pou te di: ‘Souple, lese nou travèse peyi nou an,’ men wa a Édom an te refize koute. Ankò, yo te voye wa Moab la, men li pa t dakò. Konsa, Israël te rete Kadès.
JDG 11:18 Epi yo te pase nan dezè a pou evite peyi Édom avèk Moab la. Yo te rive nan lizyè lès a Moab la e yo te fè kan an lòtbò Arnon an, men yo pa t antre nan tèren Moab la, paske Arnon an se te lizyè Moab.
JDG 11:19 Konsa, Israël te voye mesaje a Sihon yo, wa Amoreyen yo, ak wa a Hesbon an. Israël te di li: “Souple, kite nou pase nan tèritwa pa ou a pou rive nan plas nou.”
JDG 11:20 Men Sihon pa t mete konfyans an Israël pou pase nan tèritwa pa li a. Pou sa, Sihon te ranmase tout pèp li a, e te fè kan nan Jahats pou te goumen avèk Israël.
JDG 11:21 SENYÈ a, Bondye a Israël la, te meteSihon avèk tout pèp li a nan men Israël la, e yo te genyen yo. Konsa, Israël la te vin posede tout tèren a Amoreyen yo, pèp a peyi sila yo.
JDG 11:22 Epi yo te vin posede tout tèren a Amoreyen yo, soti nan Arnon an, jis rive nan Jabbok la, e soti nan dezè a jis rive nan Jourdain an.
JDG 11:23 Depi alò, SENYÈ a te chase Amoreyen yo, Li te fè yo sòti nan tèren an devan pèp Israël la, èske koulye a, ou menm ap vin antre pou posede li?
JDG 11:24 Èske nou pa posede deja sa ke Kemosch, dye pa nou an, te bannou pou posede a? Konsa nenpòt sa ke SENYÈ a te chase devan nou, nou va posede li.
JDG 11:25 Alò, èske ou pi bon ke Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la? Èske li te janm fè traka pou Israël, oswa èske li te janm goumen kont yo?
JDG 11:26 Pandan Israël te rete Hesbon avèk bouk pa li yo, nan Aroër avèk bouk pa li yo ak nan vil ki arebò Arnon an, pandan twa-san ane, poukisa nou pa t rekouvri yo pandan tan sa a?
JDG 11:27 Konsa, mwen pa t peche kont nou, men nou te fè m tò lè nou te fè lagè kont mwen. Ke SENYÈ a, Jij la, jije jodi a antre fis Israël yo ak fis a Ammon yo.”
JDG 11:28 Men wa a fis Ammon yo te refize koute mesaj ke Jephthé te voye ba li a.
JDG 11:29 Alò, Lespri SENYÈ a te vini sou Jephthé. Li te pase travèse Galaad avèk Manassé, epi li te pase travèse Mitspé nan Galaad pou te rive vè fis Ammon yo.
JDG 11:30 Jephthé te fè yon ve bay SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman ban mwen fis Ammon yo nan men m,
JDG 11:31 konsa, li va rive ke nenpòt sa ki sòti nan pòt lakay mwen pou rankontre mwen lè m retounen anpè soti nan fis Ammon yo, li va pou SENYÈ a. Epi mwen va ofri li kòm yon ofrann brile.”
JDG 11:32 Konsa, Jephthé te travèse vè fis Ammon yo pou goumen kont yo; epi SENYÈ a te mete yo nan men li.
JDG 11:33 Li te frape yo avèk yon trè gran masak soti nan Aroër jis rive nan antre Minnith, ven vil e jis rive nan Abel-Keramim. Konsa, fis Ammon yo te jete ba devan fis Israël yo.
JDG 11:34 Lè Jephthé te rive vè kay li nan Mitspa, men vwala, fi li a te vin parèt pou rankontre li avèk tanbouren ak dans. Alò, li te sèl pitit li. Sof ke li menm, li pa t gen ni fis ni fi.
JDG 11:35 Lè li te wè li, li te chire rad li e te di: “Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e mwen p ap kab reprann li.”
JDG 11:36 Konsa li te di li: “Papa m, ou te bay pawòl ou a SENYÈ a. Fè avè m sa ou te di a, akoz SENYÈ a te fè vanjans sou lènmi ou yo, fis a Ammon yo.”
JDG 11:37 Li te di a papa li: “Sèlman, kite bagay sa a fèt; lese mwen pou kont mwen pandan de mwa, pou mwen kapab ale nan mòn yo pou m kab kriye akoz ke m toujou vyèj, mwen menm avèk zanmi mwen yo.
JDG 11:38 Epi li te reponn: “Ale.” Konsa, li te voye li sòti pandan de mwa. Li te ale avèk zanmi li yo pou te kriye sou mòn yo akoz li te vyèj.
JDG 11:39 Nan fen de mwa yo, li te retounen vè papa li ki te aji ak li selon ve ke li te fè a. Li pa t gen relasyon avèk gason. Konsa, sa te vin yon koutim an Israël,
JDG 11:40 pou fi a Israël yo te ale chak ane pandan kat jou an memwa fi Jephthé la, Galaadit la.
JDG 12:1 Alò, fis a Éphraïm yo te rasanble. Yo te travèse vè Tsaphon e te di a Jephthé: “Poukisa ou te travèse pou batay avèk fis Ammon yo san rele nou pou ale avèk ou? Nou va brile kay ou sou ou.”
JDG 12:2 Jephthé te di yo: “Mwen avèk pèp mwen an t ap fè gwo kont avèk fis Ammon yo; epi lè mwen te rele nou, nou pa t delivre mwen nan men yo.
JDG 12:3 Lè m te wè ke nou pa t ap delivre mwen, mwen te pran pwòp lavi mwen nan men m, e te travèse lòtbò kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a te livre yo nan men m. Poukisa, konsa, nou vin monte sou mwen nan jou sa a pou goumen kont mwen?”
JDG 12:4 Epi Jephthé te ranmase tout gason Galaad yo pou te goumen kont Éphraïm. Mesye Galaad yo te bat Éphraïm, akoz yo te di: “Se moun sove devan Éphraïm ke nou ye; O Galaadit yo, ki nan mitan Ephraïm ak nan mitan Manassé.”
JDG 12:5 Galaadit yo te kaptire tout kote pou janbe Rivyè Jourdain anfas Éphraïm nan. Epi li te rive ke lè nenpòt nan moun sove Éphraïm yo te di: “Kite mwen janbe,” mesye Galaad yo ta di li: “Èske ou se yon Efrayimit?” Epi si li te di: “Non”,
JDG 12:6 alò, yo te di li: “Silvouplè, di ‘Shibboleth.’” Men li ta di: “Sibboleth”, paske li pa t kab pwononse li byen. Konsa, yo ta sezi li pou touye li nan kote pou janbe Jourdain an. Konsa, te tonbe nan lè sa a, karann-de-mil nan Efrayimit yo.
JDG 12:7 Jephthé te jije Israël pandan sis ane. Epi Jephthé, Galaadit la te mouri e te antere nan youn nan vil nan Galaad yo.
JDG 12:8 Alò, Ibtsan a Bethléhem te jije Israël apre li.
JDG 12:9 Li te gen trant fis ak trant fi ke li te bay an maryaj andeyò fanmi an. Li te fè antre trant fi soti deyò pou fis li yo.
JDG 12:10 Konsa, Ibtsan te mouri e te antere Bethléhem.
JDG 12:11 Alò, Élon, Zabilonit lan te jije Israël apre li. Li te jije Israël pandan dis ane.
JDG 12:12 Konsa, Élon, Zabilonit lan te mouri e te antere nan Ajalon nan peyi a Zabulon.
JDG 12:13 Alò, Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te jije Israël apre li.
JDG 12:14 Li te gen karant fis avèk trant pitit pitit ki te monte sou swasann-dis bourik. Li te jije Israël pandan uit ane.
JDG 12:15 Epi Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te mouri e te antere nan Pirathon nan peyi Ephraïm nan, nan peyi ti mòn ki te pou Amalekit yo.
JDG 13:1 Fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te livre yo nan men a Filisten yo pandan karant ane.
JDG 13:2 Te gen yon sèten nonm nan Tsorea nan fanmi Danit yo, ki te rele Manoach. Madanm li te esteril e li pa t janm fè pitit.
JDG 13:3 Konsa, zanj SENYÈ a te parèt a fanm nan e te di li: “Gade byen, koulye a, ou esteril e ou pa janm fè pitit, men ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis.
JDG 13:4 Konsa, fè atansyon pou pa bwè diven, oswa okenn bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp.
JDG 13:5 Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis. Nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon Nazareyen pou Bondye depi nan vant. Li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo.”
JDG 13:6 Epi fanm nan te vin pale mari li. Li te di: “Yon nonm Bondye te vin kote m; aparans li te tankou aparans a yon zanj Bondye, byen mèvèye. Epi mwen pa t mande li kote li te sòti, ni li pa t di mwen non li.
JDG 13:7 Men li te di mwen: ‘Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an.’”
JDG 13:8 Alò, Manoach te priye a SENYÈ a. Li te di: “O SENYÈ, souple kite nonm Bondye ke Ou te voye vin kote nou an ankò pou l kapab enstwi nou kisa pou nou fè pou gason k ap vin fèt la.”
JDG 13:9 Bondye te koute vwa a Manoach, epi zanj Bondye a te vini ankò vè fanm nan pandan li te chita nan chan an. Men Manoach, mari li a, pa t avè l.
JDG 13:10 Konsa, fanm nan te kouri vit di mari li: “Gade byen, nonm ki te vini lòt jou a te parèt devan m.”
JDG 13:11 Konsa, Manoach te leve swiv fanm li an e lè li te vin kote nonm nan, li te di li: “Èske ou se nonm Bondye ki te pale avèk fanm mwen?” Epi li te di: “Mwen se li”.
JDG 13:12 Manoach te di: “Alò, lè pawòl ou yo vin akonpli, kijan de vi ak vokasyon gason sila a va genyen?”
JDG 13:13 Konsa, nonm Bondye a te di a Manoach: “Kite fanm nan byen okipe tout sa ke m te di li yo.
JDG 13:14 Li pa dwe manje anyen ki sòti nan chan rezen, ni bwè diven, ni bwason fò, ni manje okenn bagay ki pa pwòp. Kite li swiv tout sa ke m te kòmande yo.”
JDG 13:15 Manoach te di a zanj SENYÈ a: “Souple, pèmèt nou fè ou fè yon ti reta pou nou kab prepare yon jenn kabrit pou ou.”
JDG 13:16 Zanj SENYÈ a te di a Manoach: “Malgre ou fè m fè reta a, mwen p ap manje manje ou. Men si ou prepare yon ofrann brile, alò, ofri li bay SENYÈ a.” Paske Manoach pa t konnen ke li te yon zanj SENYÈ a.
JDG 13:17 Manoach te di a zanj SENYÈ a: “Kòman yo rele ou, dekwa ke lè pawòl ou yo vin rive pou nou kapab onore ou?”
JDG 13:18 Men zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou mande m non mwen, akoz nou wè li depase konesans?”
JDG 13:19 Konsa, Manoach te pran jenn kabrit la avèk ofrann sereyal la pou te ofri li sou wòch SENYÈ a. Epi Li menm, zanj SENYÈ a, te fè mèvèy pandan Manoach avèk madanm li t ap gade.
JDG 13:20 Konsa, li te vin rive ke lè flanm nan te monte sou lotèl la vè syèl la, ke zanj SENYÈ a te monte nan flanm lotèl la. Lè Manoach avèk madanm li te wè sa, yo te tonbe atè sou figi yo.
JDG 13:21 Alò, zanj SENYÈ a pa t vin parèt a Manoach ni madanm li ankò. Konsa, Manoach te vin konnen ke se te zanj SENYÈ a ke li te ye.
JDG 13:22 Epi Manoach te di a madanm li: “Anverite, n ap mouri, paske nou te wè Bondye.”
JDG 13:23 Men madanm li te di li: “Si SENYÈ a te vle touye nou, Li pa t ap aksepte ofrann brile avèk ofrann sereyal la soti nan men nou, ni Li pa t ap montre nou tout bagay sila yo, ni Li pa t ap kite nou tande tout bagay sa yo konsa nan moman sa a.”
JDG 13:24 Fanm nan te bay nesans a yon fis e li te rele li Samson. Pitit la te vin gran e SENYÈ a te beni li.
JDG 13:25 Lespri SENYÈ a te kòmanse vire nan li nan kan Dan nan, antre Tsorea ak Eschthaol.
JDG 14:1 Samson te desann Thimna. La li te wè yon fanm Thimna; youn nan fi Filisten yo.
JDG 14:2 Konsa, li te retounen pou te di papa l avèk manman l: “Mwen te wè yon fanm Thimna, youn nan fi Filisten yo. Alò pou sa, al chache li pou mwen kòm madanm.”
JDG 14:3 Papa l avèk manman l te di li: “Èske pa gen okenn fanm pami fi a fanmi ou yo, oswa pami tout pèp nou an, pou ou alepran yon madanm pami Filisten ensikonsi sa yo?” Samson te di a papa l: “Ale pran li pou mwen; paske selon mwen menm, li byen bèl.”
JDG 14:4 Alò, papa li avèk manman li pa t konnen ke sa se te yon bagay a SENYÈ a; paske Li t ap chache yon okazyon kont Filisten yo. Alò, nan tan sa a, Filisten yo t ap domine sou Israël.
JDG 14:5 Epi Samson te desann Thimna avèk papa l avèk manman l e yo te avanse rive jis nan chan rezen a Thimna yo; epi vwala, yon jenn lyon tou ap gwonde te vin lonje sou li.
JDG 14:6 Lespri SENYÈ a te vin monte byen fò sou li e li te chire li tankou yon moun ta chire yon jenn kabrit, malgre anyen pa t nan men li. Men li pa t pale ni papa l ni manman l sa li te fè a.
JDG 14:7 Konsa, li te desann pale avèk fanm nan, epi li te fè kè l kontan.
JDG 14:8 Lè l te retounen pita pou pran l, li te vire akote pou gade kadav lyon an. Epi vwala, yon desen myèl te nan kò lyon an.
JDG 14:9 Konsa, li te fè yon grate lasi ak siwo myèl nan men li e li te fè wout li pandan li t ap manje. Lè li te vin kote papa l avèk manman l, li te bay yo, e yo te manje. Men li pa t di yo ke li te grate siwo a sòti nan kò lyon an.
JDG 14:10 Alò, papa li te desann vè fanm nan; epi Samson te fè yon fèt la, paske jennonm yo te konn fè sa kòm koutim pa yo.
JDG 14:11 Lè yo te wè li, yo te mennen trant zanmi parèy a yo pou yo ta kab la avèk li.
JDG 14:12 Samson te di yo: “Kite m bannou yon kont pou nou kab devine l. Si nou kab vrèman reponn pandan sèt jou ki ekoule nan fèt la pou twouve bout li, alò, mwen va bannou trant gwo manto fèt an len avèk trant echanj vètman.
JDG 14:13 Men si nou pa kab reponn mwen, alò, nou va ban mwen trant echanj vètman.” Yo te di li: “Bannou kont lan pou nou kab koute li.”
JDG 14:14 Konsa, li te di yo: “Sòti nan sila ki konn manje, te parèt yon bagay pou manje. Sòti nan sila ki gen fòs, te parèt yon bagay ki dous.” Men nan twa jou, yo pa t kab ba li repons lan.
JDG 14:15 Alò, li te vin rive ke nan katriyèm jou a, ke yo te di a madanm Samson an: “Mennen mari ou pou l kab bannou repons kont lan, oswa nou va brile ou menm avèk kay papa ou avèk dife. Èske se pou fè nou vin pòv ke ou te envite nou? Se pa sa w ap fè la a?”
JDG 14:16 Madanm a Samson te kriye devan li e te di: “Se sèlman ke ou rayi mwen e ou pa renmen m. Ou te prezante yon kont a fis pèp mwen yo e ou pa t pale m de sa.” Li te di li: “Gade byen, mwen pa t pale l ni a manman m, ni a papa m. Èske se a ou menm pou m ta pale li?”
JDG 14:17 Men li te kriye devan li pandan sèt jou pandan fèt yo a t ap pase. Epi nan setyèm jou a, li te pale li kont lan, akoz li menm (fanm nan) te peze li rèd. Alò konsa, li al pale istwa a fis pèp li yo.
JDG 14:18 Konsa, mesye lavil yo te di a li nan setyèm jou a avan solèy la te kouche: “Se kisa ki pi dous ke siwo myèl? Epi kisa ki pi fò pase yon lyon?” Li te reponn yo: “Si nou pa t raboure avèk gazèl bèf mwen, nou pa t ap dekouvri kont mwen an.”
JDG 14:19 Lespri SENYÈ a te vini sou li byen fò, e li te desann Askalon pou te touye trant nan Filisten yo. Li te pran piyaj pa yo e te bay echanj rad yo a sila ki te reponn kont lan. Epi kòlè li te monte, e li te monte vè lakay papa l.
JDG 14:20 Men madanm a Samson an te vin bay a yon konpanyen li ki te bon zanmi li.
JDG 15:1 Men pita, pandan rekòlt ble a, Samson te vizite madanm li avèk yon jenn kabrit. Li te di: “Mwen va antre vè madanm mwen nan chanm li.” Men papa li pa t kite li antre.
JDG 15:2 Papa li te di li: “Mwen te konnen ke ou te tèlman rayi li; epi pou sa, mwen te bay li a zanmi ou an. Èske pi jenn sè li a pa pi bèl pase li? Souple, kite li vin pou ou nan plas li.”
JDG 15:3 Samson te di a yo: “Fwa sa a, mwen p ap gen tò anvè Filisten yo lè m fè yo mal.”
JDG 15:4 Samson te ale kenbe twa-san rena. Li te pran tòch yo, e te vire yo mare ke a ke, e li te mete yon tòch nan mitan chak de ke yo.
JDG 15:5 Lè l te fin limen tòch yo, li te lage rena yo nan chan sereyal Filisten yo, e te brile pakèt sereyal yo ak ble, ansanm avèk chan rezen avèk lòt chan bwa fwi.
JDG 15:6 Konsa, Filisten yo te di: “Kilès ki te fè sa?” Yo te reponn: “Samson, bofi a Timnyen an, akoz li te pran madanm li pou te bay li a konpanyen li.” Pou sa, Filisten yo te monte e te brile ni madanm nan, ni papa li avèk dife.
JDG 15:7 Samson te di yo: “Akoz n ap aji konsa, mwen va vrèman pran vanjans sou nou, men apre sa, m ap sispann.”
JDG 15:8 Li te frape yo byen di avèk yon gwo masak; epi li te desann pou te viv nan krevas wòch la nan Étam.
JDG 15:9 Alò, Filisten yo te monte fè kan nan Juda e te vin gaye nan Léchi.
JDG 15:10 Mesye Juda yo te di: “Poukisa nou vin monte kont nou?” Yo te di: “Nou te monte pou mare Samson dekwa ke nou kab fè l menm bagay ke li te fè nou an.”
JDG 15:11 Epi twa-mil lòm Juda te desann vè krevas wòch la nan Étam, e yo te di Samson: “Èske ou pa konnen ke Filisten yo gen tout fòs sou nou? Poukisa, konsa, ou vin fè nou sa?” Epi li te di yo: “Menm jan yo te fè m nan, se konsa mwen te fè yo.”
JDG 15:12 Yo te di li: “Nou te vin isit la pou mare ou pou nou kapab livre ou nan men Filisten yo.” Epi Samson te di yo: “Sèmante a mwen ke nou p ap touye mwen.”
JDG 15:13 Yo te di li: “Non, men nou va mare ou nèt e livre ou nan men yo; men anverite, nou p ap touye ou.” Yo te mare li avèk de kòd nèf e te mennen li monte soti nan wòch la.
JDG 15:14 Lè li te rive nan Léchi, Filisten yo te rele fò pandan yo t ap rankontre li. Epi Lespri SENYÈ a te vini sou li avèk pouvwa, jiskaske kòd sou bwa li yo te vin tankou pay len ki brile ak dife e kòd yo te tonbe sòti nan men li.
JDG 15:15 Li te twouve yon zo a machwè bourik fre. Konsa, li te lonje pran l e li te touye mil lòm avèk li.
JDG 15:16 Alò, Samson te di: “Avèk machwè a yon bourik, pil sou pil; avèk machwè a yon bourik, mwen te touye yon milye moun.”
JDG 15:17 Lè l te fin pale, li te jete machwè a sòti nan men l; epi plas sa a te rele Ramath-Léchi.
JDG 15:18 Alò, li te vin swaf. Li te rele a SENYÈ a e li te di: “Ou te bay delivrans pa men sèvitè Ou e, koulye a, mwen va mouri ak swaf e tonbe nan men a ensikonsi yo?”
JDG 15:19 Men Bondye te fann kote vid ki nan Léchi a, e dlo te sòti ladann. Lè li te bwè, fòs li te retounen e li te reprann fòs. Pou sa, li te rele kote sa a En-Hakkoré, ki nan Léchi jis rive jodi a.
JDG 15:20 Epi li te jije Israël pandan ventan nan jou a Filisten yo.
JDG 16:1 Alò, Samson te desann Gaza, e li te wè yon pwostitiye. Li te antre nan li.
JDG 16:2 Lè sa li te pale pami moun Gaza yo: “Samson vin isit la!” Yo te antoure kote a e yo te kache tann li tout lannwit vè pòtay lavil la. Yo te rete an silans tout nwit lan e yo te di: “Annou tann jis li fè klè maten e nou va touye li.”
JDG 16:3 Alò, Samson te kouche jis minwi e a minwi, li te leve pran pòtay lavil yo avèk de poto yo. Li te rale fè yo monte, ansanm avèk ba travès pa yo. Epi li te mete yo sou zepòl li, e li te pote yo monte pou rive anwo tèt mòn ki anfas Hébron an.
JDG 16:4 Apre sa, li te vin rive ke li te renmen yon fanm nan vale Sorek la, ke yo te rele Delila.
JDG 16:5 Prens Filisten yo te ale kote li e te di fanm nan: “Mennen li ak dousè e twouve kote gran fòs li a sòti, e kijan nou kapab vin genyen l pou nou kapab mare li pou aflije li. Epi nou chak va ba ou onz-san pyès ajan.”
JDG 16:6 Konsa, Delila te di a Samson: “Souple, pale m kote gran fòs ou a ye ak kijan ou kapab vin mare pou ou ta aflije.”
JDG 16:7 Samson te di li: “Si yo mare m avèk sèt kòd nèf ki poko sèch; alò, mwen va devni fèb e mwen va vin tankou nenpòt lòt gason.”
JDG 16:8 Epi prens Filisten yo te mennen ba li sèt kòd nèf ki potko sèch e li te mare li avèk yo.
JDG 16:9 Alò, te gen moun ki te kache ap tann nan chanm anndan an. Epi li te di li: “Men Filisten yo rive sou ou, Samson!” Konsa li te pete kòd yo tankou fisèl pit chire lè l touche dife. Konsa, fòs li a pa t revele.
JDG 16:10 Epi Delila te di a Samson: “Gade byen, se twonpe ou twonpe m, ou ban m yon bann manti; alò, koulye a, souple, di m kijan ou kab mare.”
JDG 16:11 Li te di li: “Si yo mare m byen di ak kòd nèf ki pa t janm sèvi; alò, mwen va devni fèb tankou nenpòt lòt gason.”
JDG 16:12 Konsa, Delila te pran kòd nèf e li te mare li avèk yo e te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Paske gason yo t ap tann nan chanm anndan an. Men li te pete kòd yo nan bra li tankou fisèl pou koud.
JDG 16:13 Epi Delila te di a Samson: “Jis koulye a, ou te twonpe m e ban m bann manti; di mwen kijan ou kapab mare.” Epi li te di li: “Si ou trese sèt très cheve m nan ansanm très la, epi tache l avèk gwo epeng tout très la, m ap vin fèb tankou nenpòt lòt gason.”
JDG 16:14 Konsa, pandan li t ap dòmi, Delila te pran sèt très a cheve li yo, li te trese yo nan ansanm très la. Li te tache li avèk epeng lan, e li te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Men li te leve nan dòmi li, li te rale fè epeng lan sòti nan ansanm très la e li te rale cheve l nan griyaj très la.
JDG 16:15 Alò li te di li: “Kijan ou kapab di, ‘Mwen renmen ou,’ lè kè ou pa avè m? Ou te twonpe m twa fwa sila yo e pa t di mwen kote gran fòs ou a ye.”
JDG 16:16 Li te vin rive ke lè li te toumante li chak jou avèk pawòl li yo e te bourade li, ke nanm li te vin twouble jiska lanmò.
JDG 16:17 Konsa, li te fè l konnen tout sa ki te nan kè li e li te di li: “Yon razwa pa t janm vini nan tèt mwen; paske mwen se te yon Nazareyen a Bondye soti nan vant manman m. Si cheve m vin taye; alò, fòs mwen an va kite mwen e mwen va devni tankou nenpòt lòt gason.”
JDG 16:18 Lè Delila te wè ke li te di li tout sa ki te nan kè li, li te rele prens a Filisten yo e li te di yo: “Vini yon fwa ankò; paske li fin di mwen tout sa ki te nan kè li.” Epi prens a Filisten yo te vin kote li, e yo te pote lajan pou li a nan men yo.
JDG 16:19 Li te fè li dòmi sou jenou li, li te rele yon mesye pou te fè l pase razwa retire tout sèt très cheve li yo. Alò, li te kòmanse aflije li e fòs li a te vin kite l.
JDG 16:20 Li te di: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Li te leve soti nan dòmi li, e te di: “Mwen va sòti tankou lòt fwa yo e souke kò m pou m vin lib.” Men li pa t konnen ke SENYÈ a te gen tan kite li.
JDG 16:21 Alò, Filisten yo te sezi li. Yo te kreve rete zye li, epi yo te mennen li Gaza. Yo te mare l avèk chenn fèt an bwonz ki te konn vire moulen nan prizon an.
JDG 16:22 Men cheve tèt li t ap grandi ankò lè l te fin koupe yo.
JDG 16:23 Alò, prens Filisten yo te rasanble pou ofri yon gran sakrifis a Dagon, dye pa yo a e pou rejwi yo, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki livre Samson, lènmi nou an, nan men nou.”
JDG 16:24 Lè pèp la te wè li, yo te fè lwanj a dye pa yo a, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki te livre lènmi nou an, nan men nou, menm destriktè a peyi nou an, ki te touye anpil nan nou.”
JDG 16:25 Li te vin rive ke pandan yo te ranpli avèk kè kontan, ke yo te di: “Rele Samson pou l kapab amize nou.” Konsa, yo te rele Samson soti nan prizon an pou li te amize yo. Epi yo te fè l kanpe antre pilye yo.
JDG 16:26 Alò, Samson te di a gason ki te kenbe men l lan: “Kite mwen manyen pilye kote kay la kanpe yo pou m kab apiye sou yo.”
JDG 16:27 Alò, kay la te ranpli avèk gason ni fanm e tout prens a Filisten yo te la. Epi anviwon twa-mil gason avèk fanm te anba twati a e yo t ap gade Samson pandan li t ap amize yo.
JDG 16:28 Konsa, Samson te rele SENYÈ a e te di: “O Senyè BONDYE, souple, sonje mwen, e souple, ranpli fòs mwen pou sèl fwa sa a, O Bondye pou m kapab jwenn vanjans sou Filisten yo pou de zye mwen yo.”
JDG 16:29 Samson te kenbe byen di de pilye mitan yo sou sila kay la te poze yo, li te ranfòse li sou yo, youn avèk men dwat li e youn avèk men goch li.
JDG 16:30 Epi Samson te di: “Kite mwen mouri avèk Filisten yo!” Epi li te koube avèk tout fòs li jiskaske kay la te vin tonbe sou tout prens yo ak tout moun ki te ladann yo. Konsa, kantite moun ke li te touye lè l te mouri an te plis ke sila ke li te touye pandan tout vi li yo.
JDG 16:31 Alò, frè li yo avèk tout lakay papa li te desann pran li, mennen li monte e te antere li antre Tsorea ak Eschthaol nan tonm Manoach la, papa li. Konsa, li te jije Israël pandan ventan.
JDG 17:1 Alò, te gen yon nonm nan peyi ti kolin Ephraïm yo ki te rele Mica.
JDG 17:2 Li te di a manman l: “Onz-mil pyès ajan ke yo te retire nan men ou yo, sou sila yo ou te bay madichon ke mwen te tande a, veye byen, ajan an avè m; se mwen ki te pran l.” Epi manman l te di: “Beni ou ye, fis mwen, pa SENYÈ a.”
JDG 17:3 Konsa, li te retounen onz-san pyès ajan an bay manman l, e manman l te di: “Mwen dedye ajan an soti nan men mwen nèt bay SENYÈ a, pou fis mwen an, pou fè yon imaj taye ak yon imaj ki fonn; alò, pou sa, mwen va retounen yo ba ou.”
JDG 17:4 Konsa, lè li te fin retounen ajan an bay manman l, manman l te pran de-san pyès ajan an, li te bay yo a yon bòs fonn ajan, ki te fè avèk yo, yon imaj taye. Yo te rete lakay Mica.
JDG 17:5 Epi nonm nan, Mica, te gen yon lye sakre, li te fè yon efòd avèk zidòl lakay yo, e li te konsakre youn nan fis li yo pou ta kapab sèvi kòm prèt li.
JDG 17:6 Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Chak moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa l.
JDG 17:7 Alò, te gen yon jennonm ki te soti Bethléhem nan Juda, nan fanmi Juda a, ki te yon Levit. Li te rete la.
JDG 17:8 Konsa, nonm sa a te pati nan vil la, soti nan Bethléhem nan Juda pou ale rete nenpòt kote ke li ta kab twouve. Epi pandan li t ap fè vwayaj la, li te rive nan peyi ti kolin Ephraïm yo, vè lakay Mica.
JDG 17:9 Mica te mande li: “Se kibò ou sòti?” Li te reponn li: “Mwen se yon Levit ki soti Bethléhem nan Juda, epi mwen pral rete nenpòt kote ke m twouve.”
JDG 17:10 Alò, Mica te di li: “Vin rete avè m pou vin yon papa ak yon prèt anvè mwen. Mwen va ba ou dis mòso ajan pa ane, yon vètman ak pran swen ou.” Konsa, Levit la te antre.
JDG 17:11 Levit la te vin antann avèk nonm nan e jennonm nan te vin pou li tankou youn nan fis li yo.
JDG 17:12 Alò, Mica te konsakre Levit la; jennonm nan te vin prèt li e li te rete lakay Mica.
JDG 17:13 Konsa, Mica te di: “Koulye a, mwen konnen ke SENYÈ a va fè m reyisi; paske mwen gen yon Levit kòm prèt.”
JDG 18:1 Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Epi nan jou sa yo tribi a Danit yo t ap chache yon eritaj kote pou yo menm ta viv ladann; paske jis rive nan jou sa a, tiraj osò eritaj la potko tonbe pou yo kòm posesyon pami tribi Israël yo.
JDG 18:2 Pou sa, fis a Dan yo te ranvoye sòti nan fanmi pa yo, senk mesye ki sòti nan yo tout, mesye vanyan ki sòti Tsorea avèk Eschthaol, pou fè ankèt nan tèren an e egzamine li. Konsa yo te di yo: “Ale fè rechèch tèren an.” Epi yo te vin rive nan peyi ti mòn Ephraïm yo, kote lakay Mica, pou te loje la.
JDG 18:3 Lè yo te vin toupre lakay Mica, yo te rekonèt vwa a jennonm nan, Levit la; epi yo te vire akote la e te di li: “Se kilès ki te mennen ou isit la? Epi kisa w ap fè nan kote sa a? Epi kisa ou gen isit la?”
JDG 18:4 Li te di yo: “Men tèl bagay ak tèl bagay Mica te fè m, e li te anplwaye m, epi mwen te vin prèt li.”
JDG 18:5 Yo te di li: “Souple, mande Bondye pou nou kab konnen si vwayaj ke nou ap pran an va byen reyisi.”
JDG 18:6 Prèt la te di yo: “Ale anpè. Bondye dakò avèk vwayaj ke nou ap fè a.”
JDG 18:7 Alò, senk mesye yo te pati pou te rive Laïs e te wè pèp la t ap viv an sekirite, nan fason a Sidonyen yo, anpè avèk sekirite. Paske pa t gen okenn chèf ki t ap imilye yo pou anyen nan peyi a, yo te lwen Sidonyen yo e yo pa t gen okenn relasyon avèk lòt moun.
JDG 18:8 Lè yo te retounen vè frè yo Tsorea ak Eschthaol, frè yo te di yo: “Kisa ou di?”
JDG 18:9 Yo te di: “Leve e annou monte kont yo; paske nou te wè peyi a e vwala, li trè bon. Epi ankò, èske w ap chita anplas toujou? Pa pèdi tan pou antre posede peyi a.
JDG 18:10 Lè ou antre, ou va rive sou yon pèp ki an sekirite avèk yon peyi ase vast. Paske Bondye te mete li nan men ou, yon plas ki pa manke anyen ki sou latè.”
JDG 18:11 Alò, soti nan fanmi Danit yo, soti Tsorea avèk Eschthaol, sis-san lòm avèk tout zam lagè yo te pati.
JDG 18:12 Yo te monte pou te fè kan nan Kirjath-Jearim nan Juda. Pou sa, yo te rele plas sa a Machané-Dan jis rive jodi a. Tande byen, li vè lwès a Kirjath-Jearim.
JDG 18:13 Yo te pase soti la nan peyi ti kolin Ephraïm yo pou te rive lakay Mica.
JDG 18:14 Epi senk mesye ki te pase fè espyonaj nan peyi Laïs la te di a moun fanmi pa yo: “Èske nou konnen ke genyen nan kay sa yo yon efòd avèk zidòl lakay yo, avèk yon imaj taye ak yon imaj fonn? Pou sa, konsidere kisa ou ta dwe fè.”
JDG 18:15 Yo te vire akote la e te rive nan kay a jennonm nan, Levit la, lakay Mica e te mande li si tout bagay ale byen pou li.
JDG 18:16 Sis-san lòm ame avèk zam lagè, ki te pou fis a Dan yo, te kanpe akote antre pòtay la.
JDG 18:17 Alò, senk mesye ki te ale fè espyonaj peyi a te pwoche, yo te antre la pou te pran imaj taye avèk efòd la ak imaj lakay yo ak imaj fonn nan, pandan prèt la te kanpe nan antre pòtay la avèk sis-san lòm ki te ame avèk zam lagè yo.
JDG 18:18 Lè moun sila yo te antre lakay Mica pou te pran imaj taye a, efòd la avèk zidòl lakay yo a, avèk imaj fonn nan, prèt la te di yo: “Kisa nou ap fè la a?”
JDG 18:19 Yo te di li: “Pe la, mete men sou bouch ou e vini avèk nou pou devni pou nou yon papa, ak yon prèt. Èske li pi bon pou ou pou fè prèt lakay a yon sèl moun, oswa devni prèt a yon tribi e yon fanmi an Israël?”
JDG 18:20 Kè a prèt la te kontan. Li te pran efòd la avèk zidòl lakay yo a, imaj taye a e te li te ale pami pèp la.
JDG 18:21 Yo te vire sòti pou te mete pitit yo avèk tout bèt yo avèk byen yo ranmase devan yo.
JDG 18:22 Lè yo te fè yon sèten distans soti lakay Mica, mesye ki te nan kay toupre lakay Mica yo te rasanble yo pou te vin jwenn fis a Dan yo.
JDG 18:23 Yo te kriye sou fis a Dan yo e yo te vire di Mica: “Kisa nou genyen nou vin rasanble konsa?”
JDG 18:24 Li te di: “Nou fin pran dye ke m te fè yo, avèk prèt la e sòti; epi kisa mwen genyen plis ke sa? Kijan nou kab di mwen: ‘Kisa ou genyen?’”
JDG 18:25 Fis a Dan yo te di li: “Pa kite vwa ou tande pami nou, oswa mesye fewòs yo va vin tonbe sou ou e ou va pèdi lavi ou avèk lavi tout lakay ou.”
JDG 18:26 Konsa, fis a Dan yo te fè wout yo. Epi lè Mica te wè ke yo te twò fò pou li, li te vire retounen lakay li.
JDG 18:27 Epi yo te pran sa ke Mica te fè yo, avèk prèt ki te pou li a, e yo te vini bò kote Laïs, a yon pèp ki te pezib e an sekirite. Yo te frape yo avèk lam nepe; e yo te brile vil la avèk dife.
JDG 18:28 Pa t gen pèsòn pou sove yo akoz li te lwen Sidon e yo pa t gen relasyon avèk okenn lòt pèp. Li te nan vale ki te toupre Beth-Rehob la. Konsa, yo te rebati vil la pou te viv ladann.
JDG 18:29 Yo te rele vil la Dan, menm non a Dan, papa ki te fèt an Israël yo. Men avan sa, non a vil sa a se te Laïs.
JDG 18:30 Fis a Dan yo te fè monte pou kont yo, menm imaj taye a; epi Jonathan, fis a Guerschom lan, fis a Manassé a, li menm avèk fis li yo te prèt pou tribi Danit lan jis rive jou ke peyi a te vin pran an kaptivite a.
JDG 18:31 Alò, konsa, yo te monte pou kont yo imaj taye ki te pou Mica a, ke li menm te fè, pandan tout tan ke kay Bondye a te nan Silo a.
JDG 19:1 Alò, li te vin rive nan jou sa yo, pandan pa t gen wa an Israël, ke te gen yon sèten Levit ki te rete nan zòn izole nan peyi ti kolin Ephraïm nan. Li te pran yon mennaj pou kont li, ki soti nan Bethléhem nan Juda.
JDG 19:2 Men mennaj li a te jwe pwostitiye kont li. Li te kite li pou rive lakay papa l nan Bethléhem nan Juda e li te rete la pandan yon kat mwa.
JDG 19:3 Epi mari li te leve swiv li, pou pale dousman avè l pou fè l tounen e te pran avè l sèvitè li a, ak yon pè bourik. Konsa, fi a te mennen li antre lakay papa l. Lè papa l te wè l, li te byen kontan rankontre li.
JDG 19:4 Bòpè li a, papa a fi a te fè l fè reta. Li te rete avè l pandan twa jou konsa. La yo te manje, bwè e loje.
JDG 19:5 Alò, nan katriyèm jou a, yo te leve granmmaten e yo te prepare pou sòti. Papa a fi a te di a bofi li: “Fòtifye ou menm avèk yon mòso pen pou, apre, nou kapab ale.”
JDG 19:6 Konsa, toude te chita manje e bwè ansanm; epi papa a fi a te di nonm nan: “Souple, vin dakò pou pase nwit lan e fè kè ou kontan.”
JDG 19:7 Alò, nonm nan te leve pou pati, men bòpè li te ankouraje li. Konsa, li te pase nwit lan la ankò.
JDG 19:8 Nan senkyèm jou a, li te leve pati bonè nan maten. Men papa a fi a te di: “Souple, soutni nou e tann pou jiska apremidi.” Konsa, yo toude te manje.
JDG 19:9 Lè nonm nan te leve ansanm avèk mennaj li ak sèvitè li a, bòpè li te di li: “Men gade, jou a prèt pou rive; souple, pase nwit lan isit la pou kè ou kapab kontan. Epi demen ou kapab leve bonè pou vwayaje ale lakay ou.”
JDG 19:10 Men nonm nan pa t dakò pase nwit lan. Konsa, li te leve sòti pou te rive nan lye anfas Jebus (sa vle di, Jérusalem). Li te gen avè l de bourik sele; mennaj li a te avè l tou.
JDG 19:11 Lè yo te toupre Jebus, jou a te prèt fini; epi sèvitè a te di a mèt li: “Souple, vini e annou vire akote antre vil ki pou Jebizyen yo pou pase nwit lan ladann.”
JDG 19:12 Men mèt li a te di li: “Nou p ap vire akote antre nan vil etranje ki pa fè pati a fis Israël yo; men nou va kontinye rive jis Guibea.”
JDG 19:13 Li te di a sèvitè li: “Vini e annou pwoche youn nan kote sa yo. Nou va pase nwit lan nan Guibea oswa Rama.”
JDG 19:14 Konsa, yo te kontinye fè wout yo. Solèy la te kouche sou yo toupre Guibea, ki pou Benjamin.
JDG 19:15 Yo te vire akote la pou antre rete nan Guibea. Lè yo te antre, yo te chita nan mache ki pou vil la, pwiske pèsòn pa t pran yo antre lakay yo pou pase nwit lan.
JDG 19:16 Alò, vwala, yon mesye granmoun t ap sòti nan chan travay li nan aswè. Alò, mesye a te sòti nan peyi ti kolin Ephraïm yo, e li t ap viv Guibea, men mesye kote sa yo se te Benjamit yo te ye.
JDG 19:17 Konsa, li te leve zye li pou te wè vwayajè yo nan mitan mache vil la. Epi granmoun nan te di: “Kibò nou prale e kibò nou sòti?”
JDG 19:18 Li te di: “N ap pase soti Bethléhem nan Juda pou rive kote ki pi izole nan peyi ti kolin Ephraïm yo, paske se la mwen sòti e mwen te ale Bethléhem nan Juda. Men koulye a, se lakay mwen mwen prale e nanpwen moun k ap ban m plas.
JDG 19:19 Men m gen pay ak manje pou bourik nou yo e osi, pen avèk diven pou mwen, sèvant ou, e jennonm ki avèk sèvitè ou yo. Nanpwen anyen ki manke.”
JDG 19:20 Granmoun nan te di: “Lapè avèk nou. Sèlman, kite mwen okipe tout bezwen nou yo; sèlman, pa pase nwit lan sou plas la.”
JDG 19:21 Konsa, li te pran li lantre lakay li e li te bay bourik yo manje. Yo te lave pye yo e te manje ak bwè.
JDG 19:22 Pandan yo t ap fete, veye byen, mesye lavil yo, kèk sanzave, te vin antoure kay la. Yo te kòmanse frape pòt la, epi yo te pale avèk mèt kay la, granmoun nan, e te di: “Mennen fè sòti nonm ki te antre lakay ou a pou nou kapab gen relasyon seksyèl avèk li.”
JDG 19:23 Alò, nonm nan, mèt kay la, te parèt deyò kote yo, e te di yo: “Non, zanmi mwen yo, souple pa aji mal konsa! Akoz nonm sa a te antre lakay mwen, pa vin fè yon zak bèt parèy konsa!
JDG 19:24 Men fi vyèj mwen an ak sèvant li an; souple, kite mwen fè yo sòti pou nou kapab kouche avèk yo e fè sa ke nou pito. Men pa fè zak bèt sa a kont nonm sa a!”
JDG 19:25 Men mesye yo te refize koute li. Epi nonm nan te sezi ti mennaj li a, li te mennen li deyò kote yo. Konsa, yo te vyole li e te abize li tout lannwit jis rive nan maten, e yo te lage li lè solèy prèt leve.
JDG 19:26 Lè jou te kòmanse vin parèt, fanm nan te vin tonbe devan pòtay kay a mesye a kote mèt la te ye a jiskaske solèy fin klere nèt.
JDG 19:27 Lè mèt li te leve nan maten e te louvri pòt la pou fè wout li, alò vwala, mennaj li an te kouche devan pòtay kay la, avèk men li sou papòt kay la.
JDG 19:28 Li te di li: “Leve non, annou ale.” Men pa t gen repons. Alò, li te mete kadav li sou bourik la, epi nonm nan te leve ale lakay li.
JDG 19:29 Lè li te antre lakay li, li te pran yon kouto, li te mete men li sou mennaj li a e te koupe li fè douz mòso, manm pa manm e te ranvoye li toupatou nan tout tèritwa Israël la.
JDG 19:30 Tout sa ki te wè l te di: “Anyen parèy a sa pa t janm fèt, ni pa t konn wè depi jou ke fis Israël yo te monte sòti nan peyi Égypte la jis jodi a. Reflechi sou sa, pran konsèy e pale klè.”
JDG 20:1 Konsa, tout fis Israël yo depi Dan jis rive Beer-Schéba, menm avèk peyi Galaad la te sòti e kongregasyon an te rasanble kòm yon sèl òm a SENYÈ a nan Mitspa.
JDG 20:2 Chèf a tout pèp yo, menm tout tribi an Israël yo, te vin kanpe nan asanble a pèp Bondye a, kat-san-mil sòlda a pye ki te rale nepe.
JDG 20:3 (Alò, fis a Benjamin yo te tande ke fis Israël yo te monte Mitspa.) Epi fis Israël yo te di: “Pale nou kijan mechanste sa a te vin rive?”
JDG 20:4 Epi Levit la, mari a fanm nan ki te asasine a, te reponn e te di: “Mwen te vini avèk mennaj mwen pou pase nwit lan Guibea ki pou Benjamin.
JDG 20:5 Men mesye Guibea yo te leve kont mwen, yo te antoure kay la pandan nwit lan akoz mwen menm. Yo te gen entansyon touye mwen; men olye de sa, yo te vyole mennaj mwen jiskaske li te vin mouri.
JDG 20:6 Epi mwen te pran mennaj mwen an, mwen te koupe li an mòso e mwen te voye li nan tout peyi eritaj Israël la, paske yo te komèt yon zak ki lèd e malonèt an Israël.
JDG 20:7 Gade byen, tout fis Israël yo, bay lide avèk konsèy nou isit la.”
JDG 20:8 Alò, tout pèp la te leve kòm yon sèl moun, e yo te di: “Pa gen menm youn nan nou k ap tounen nan tant li, ni nou p ap retounen lakay nou.
JDG 20:9 Men kisa n ap fè Guibea; nou va monte kont li pa tiraj osò.
JDG 20:10 Epi nou va pran dizòm sou san nan tout tribi Israël yo, san sou mil e mil sou dis-mil pou founi manje pou pèp la jiskaske yo vini Guibea nan Benjamin, pou yo kapab pini yo pou tout zak malonèt yo te fè an Israël yo.”
JDG 20:11 Konsa, tout fis Israël yo te rasanble kont vil la, tèt yo ansanm kòm yon sèl moun.
JDG 20:12 Alò, tribi Israël yo te voye mesye yo pami tout tribi Benjamin an, e yo te di: “Ki kalite mechanste sa ki te fèt pami nou an?
JDG 20:13 Pou sa, livre bannou mesye sa yo, sanzave Guibea yo, pou nou kab mete yo a lanmò e retire mechanste sa an Israël.” Men fis Benjamin yo te refize koute vwa a frè yo, fis an Israël yo.
JDG 20:14 Fis a Benjamin yo te rasanble soti nan vil Guibea yo, pou sòti nan batay kont fis Israël yo.
JDG 20:15 Soti nan vil yo, nan jou sa a, fis Benjamin yo te monte ak venn-si-mil mesye ki te rale nepe, anplis moun Guibea ki te konte a sèt-san òm ekstrawòdinè.
JDG 20:16 Pami tout moun sa yo, sèt-san òm ekstrawòdinè yo se te moun goche. Yo chak ta kapab tire yon wòch avèk fistibal sou yon grenn cheve e yo pa janm pa pran l.
JDG 20:17 Alò, lòt mesye Israël yo anplis Benjamin te konte nan kat-san-mil òm ki rale nepe. Tout sila yo se te moun lagè.
JDG 20:18 Alò, fis Israël yo te leve monte Béthel. Yo te mande Bondye, e te di: “Se kilès ki va monte avan pou fè batay kont fis Benjamin yo?” Alò, SENYÈ a te di: “Juda va monte avan.”
JDG 20:19 Alò, fis Israël yo te leve nan maten, e yo te fè kan kont Guibea.
JDG 20:20 Mesye Israël yo te sòti pou batay kont Benjamin e mesye Israël yo te pran pozisyon batay kont yo nan Guibea.
JDG 20:21 Alò, fis Benjamin yo te parèt deyò nan Guibea, e yo te fè tonbe atè nan jou sa a, venn-de-mil òm nan Izrayelit yo.
JDG 20:22 Men pèp la, mesye Israël yo, te ankouraje youn lòt e te vin pran plas batay la menm kote ke yo te vin parèt nan premye jou a.
JDG 20:23 Fis Israël yo te monte e kriye devan SENYÈ a jis rive nan aswè. Yo te fè mande SENYÈ a e te di: “Èske nou dwe pwoche ankò pou fè batay kont fis a frè m yo, Benjamin?” Epi SENYÈ a te reponn: “Monte kont li.”
JDG 20:24 Alò, fis Israël yo te vini kont fis a Benjamin yo nan dezyèm jou a.
JDG 20:25 Benjamin te sòti kont yo soti Guibea nan dezyèm jou a e yo te fè tonbe atè, ankò 18,000 òm pami fis Israël yo; tout moun ki te rale nepe yo.
JDG 20:26 Alò, tout fis Israël yo ak tout pèp la te monte rive Béthel e te kriye. Konsa, yo te rete la devan SENYÈ a, yo te fè jèn tout jounen an jis rive nan aswè. Epi yo te ofri ofrann brile ak ofrann lapè devan SENYÈ a.
JDG 20:27 Fis Israël yo te mande devan SENYÈ a (paske lach temwayaj la te la nan jou sa yo,
JDG 20:28 epi Phinées, fis a Éléazar a, fis Aaron an, te kanpe devan li pou fè sèvis nan jou sila yo, epi yo te di: “Èske mwen dwe sòti menm yon lòt fwa nan batay kont fis a frè m yo, Benjamin, oswa èske m dwe sispann?” Epi SENYÈ a te di: “Monte, paske demen Mwen va livre yo nan men nou.”
JDG 20:29 Konsa, Israël te pozisyone mesye yo antoure Guibea pou fè anbiskad.
JDG 20:30 Fis Israël yo te monte kont fis Benjamin yo nan twazyèm jou a e yo te pozisyone yo menm jan ke yo te fè nan lòt fwa yo.
JDG 20:31 Fis Benjamin yo te sòti kont yo e te rale soti kite vil la. Konsa, yo te kòmanse frape e touye kèk moun nan pèp la, menm jan ak lòt fwa yo, sou gran chemen yo, youn ki te monte a Béthel e lòt la Guibea, anviwon trant mesye Izrayelit.
JDG 20:32 Fis a Benjamin yo te di: “Yo vin frape tonbe devan nou, menm jan ak lòt fwa a.” Men fis Israël yo te di: “Annou sove ale pou nou kapab atire yo kite vil la rive nan gran chemen yo.”
JDG 20:33 Epi tout fis Israël yo te leve sou plas yo pou te vin parèt nan Baal-Thamar. Konsa mesye Israël nan anbiskad yo te sòti nan plas pa yo, kote Maaré-Guibea menm.
JDG 20:34 Lè di-mil òm ekstrawòdinè nan tout Israël yo te parèt kont Guibea, batay la te vin fewòs; men mesye Benjamin yo pa t konnen ke yon gwo dega t ap pwoche yo.
JDG 20:35 Epi SENYÈ a te frape Benjamin devan Israël jiskaske fis Israël yo te detwi venn-senk-mil-san moun nan Benjamin nan jou sa a, tout moun ki te rale nepe yo
JDG 20:36 Konsa, fis Benjamin yo te wè ke yo te fin bat yo. Paske lè mesye Israël yo te bay tèren a fis Benjamin yo, se te akoz yo te depann de mesye ki t ap fè anbiskad yo, pou yo te voye kont Guibea.
JDG 20:37 Mesye anbiskad yo te kouri kont Guibea; epi yo te ouvri pou voye frape tout vil la avèk lam nepe.
JDG 20:38 Alò, siyal ki te prevwa antre mesye Israël yo ak mesye anbiskad yo se te ke yo ta fè yon gran nwaj lafimen leve sòti nan vil la.
JDG 20:39 Alò, mesye Israël yo te vire nan batay la e Benjamin te kòmanse frape e touye anviwon trant mesye Izrayelit, paske yo te di: “Vrèman, yo detwi devan nou, tankou nan premye batay la.”
JDG 20:40 Men lè nwaj la te kòmanse leve sòti lavil la tankou yon pilye gwo lafimen, Benjamit yo te gade dèyè yo; epi gade byen, nan tout vil la, lafimen t ap monte vè syèl la.
JDG 20:41 Alò, moun Israël yo te vire e mesye Benjamin yo te vin sezi avèk laperèz; paske yo te wè ke yon gwo dega te sou yo.
JDG 20:42 Pou sa, yo te vire do devan Israël vè dezè a, men batay la te vin jwenn yo pandan sila ki te sòti nan vil yo te detwi yo nan mitan li.
JDG 20:43 Yo te vin antoure mesye Benjamin yo; yo te pouswiv yo san repo e yo te foule yo anba pye anfas Guibea vè lès la.
JDG 20:44 Konsa, diz-uit-mil òm a Benjamin te tonbe; tout sila yo se te vanyan gèrye.
JDG 20:45 Rès yo te sove ale vè dezè a nan wòch Rimmon. Men yo te kenbe senk-mil nan yo sou chemen e te vin rive sou yo nan Guideom. Yo te touye de-mil nan yo.
JDG 20:46 Konsa, tout Benjamit ki te tonbe nan jou sa yo se te venn-senk-mil òm ki te rale nepe; tout sila yo se te vanyan gèrye.
JDG 20:47 Men sis-san òm te vire kouri vè dezè a nan wòch Rimmon e yo te rete nan wòch Rimmon pandan kat mwa.
JDG 20:48 Mesye Israël yo, alò, te vire retounen kont fis a Benjamin yo pou te frape yo avèk lam nepe, tout vil la avèk bèt yo ak tout sa ke yo te twouve. Anplis, yo te mete dife nan tout vil ke yo te twouve yo.
JDG 21:1 Alò, mesye Israël yo te deja sèmante nan Mitspa. Yo te di: “Pa gen nan nou menm k ap bay fi li a Benjamin nan maryaj.”
JDG 21:2 Konsa, pèp la te vini Béthel e yo te chita la devan Bondye jis rive nan aswè, epi yo te leve vwa yo e te kriye amè.
JDG 21:3 Yo te di: “Poukisa, O SENYÈ, Bondye Israël la, èske bagay sa a vin rive an Israël pou youn nan tribi yo jodi a ta vin disparèt an Israël?”
JDG 21:4 Li te vin rive nan pwochen jou an ke pèp la te leve bonè. Yo te bati yon lotèl e yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè.
JDG 21:5 Konsa, fis Israël yo te di: “Kilès ki pami tout tribi Israël yo ki pa t monte nan asanble SENYÈ a?” Paske, yo te fè yon gran ve pou sila ki pa monte vè SENYÈ a nan Mitspa, epi yo te di: “Li va vrèman vin mete a lanmò.”
JDG 21:6 Fis Israël yo te tris; yo te plen regrè pou Benjamin, frè parèy yo a, e yo te di: “Yon tribi vin koupe nèt sou Israël jodi a.
JDG 21:7 Kisa nou ap fè pou twouve madanm pou sila ki rete yo, akoz nou te sèmante pa SENYÈ a pou nou pa bay okenn nan fi pa nou yo nan maryaj?”
JDG 21:8 Epi yo te di: “Kilès sila pami tribi Israël yo ki pa t monte kote SENYÈ a nan Mitspa?” Gade byen, pèsòn pa t monte nan kan an sòti nan Jabès-Galaad pou patisipe nan asanble a.
JDG 21:9 Paske, lè pèp la te konte, gade byen, pèsòn nan sila ki rete Jabès-Galaad yo pa t la.
JDG 21:10 Konsa, kongregasyon an te voye douz-mil gèrye vanyan rive la e yo te pase lòd di yo konsa: “Ale frape sila ki rete Jabès-Galaad yo avèk lam nepe, ni fanm yo ak pitit yo.
JDG 21:11 Men kisa ou va fè, ou va detwi nèt tout gason ak tout fanm ki gen tan kouche avèk yon gason.”
JDG 21:12 Epi yo te jwenn pami moun Jabès-Galaad yo, kat-san jèn vyèj ki pa t konnen yon gason kouche avèk li. Konsa, yo te mennen yo nan kan an Silo ki nan peyi Kananeyen yo.
JDG 21:13 Epi tout kongregasyon an te voye pale avèk fis Benjamin ki te nan wòch Rimmon yo e te deklare lapè pou yo.
JDG 21:14 Nan lè sa a, Benjamin te retounen e yo te bay yo kat-san fi ke yo te kenbe vivan soti Jabès-Galaad. Men, li poko te kont pou yo.
JDG 21:15 Konsa, pèp la te tris e te plen regrè pou fis Benjamin yo paske SENYÈ a te fè yon brèch nan tribi Israël yo.
JDG 21:16 Epi ansyen nan kongregasyon yo te vin di: “Kisa nou va fè pou sila ki rete toujou, kòmsi fanm nan Benjamin yo detwi?”
JDG 21:17 Yo te di: “Fòk gen eritaj pou retay Benjamin an, jis pou tribi a pa efase nèt sou Israël.
JDG 21:18 Alò, nou pa kab ba yo madanm pami fi nou yo.” Paske fis Israël yo te sèmante e yo te di: “Modi se sila ki bay yon madanm a Benjamin.”
JDG 21:19 Konsa, yo te di: “Gade byen, gen yon fèt a SENYÈ a chak ane nan Silo, ki nan kote nò a Béthel, sou lès a gran chemen ki monte soti Béthel pou rive Sichem nan, vè kote sid a Lebona.”
JDG 21:20 Pou sa a, yo te kòmande fis Benjamin yo konsa: “Ale kache tann nan chan rezen yo,
JDG 21:21 epi gade byen, veye, si fi a Silo yo sòti deyò pou patisipe nan dans lan, nou va sòti nan chan rezen yo, e nou chak va kouri kenbe madanm li pami fi a Silo yo e ale avè l nan peyi Benjamin?
JDG 21:22 Li va rive ke lè papa yo oswa frè yo vin plenyen a nou, ke nou va di yo: ‘Ba yo a nou avèk bòn volonte; paske nan batay la, nou pa t konsève yon fanm pou chak Benjamit, ni nou pa t founi youn pou yo, sinon koulye a menm, nou ta koupab.’”
JDG 21:23 Konsa fis a Benjamin yo te fè e te pran madanm selon fòs kantite yo pami sila ki te danse yo, pou yo te pote ale. Konsa, yo te ale retounen nan eritaj pa yo, e te rebati vil pa yo pou te viv ladan yo.
JDG 21:24 Fis Israël yo te pati la nan lè sa a, chak òm ak pwòp tribi ak fanmi li, e yo chak te sòti la pou rive nan pwòp eritaj pa yo.
JDG 21:25 Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Tout moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa yo.
RUT 1:1 Alò li te vin rive nan jou ke jij yo te gouvène yo, te genyen yon gwo grangou nan peyi a. Yon sèten mesye ki sòti Bethléem nan Juda te ale pou demere nan peyi Moab la avèk madanm li ak de fis li yo.
RUT 1:2 Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te antre nan peyi Moab la pou te demere la.
RUT 1:3 Epi Élimélec, mari a Naomi an te mouri. Konsa, se li ki te rete avèk de fis li yo.
RUT 1:4 De fis yo te pran pou kont yo fanm Moabit yo kon madanm yo. Youn nan yo te rele Orpa e lòt la Ruth. Epi yo te viv la pandan anviwon dis ane.
RUT 1:5 Alò Machlon avèk Kiljon te vin mouri osi. Konsa, fanm nan vin pèdi de pitit li yo, ansanm ak mari li.
RUT 1:6 Konsa li te leve avèk bèlfi li pou l ta kab retounen kite Moab. Paske, depi lè li Moab, li tande ke SENYÈ a te vizite pèp li a nan bay yo manje.
RUT 1:7 Konsa, li te pati kote li te ye, de bèlfi li yo te avèk li. Epi yo te fè wout la pou retounen nan peyi Juda.
RUT 1:8 Epi Naomi te di a de bèlfi li yo: “Ale, retounen nou chak lakay manman nou. Ke SENYÈ a kapab aji anvè nou avèk dousè, jan nou te aji avèk sila ki mouri yo e avèk mwen menm tou.
RUT 1:9 Ke SENYÈ a kapab pèmèt nou jwenn repo, nou chak lakay a pwòp mari pa li.” Alò, li te bo yo, yo te leve vwa yo wo, epi te kriye.
RUT 1:10 Epi yo te di li: “Non, men n ap retounen avè w vè pèp ou a.”
RUT 1:11 Naomi te di yo: “Retounen fi mwen yo. Poukisa nou ta dwe ale avè m? Èske m toujou gen fis nan vant mwen pou yo ta vin mari nou?
RUT 1:12 Retounen fi mwen yo, paske mwen twò vye pou m gen yon mari. Si m te di nou ke m gen espwa, si m ta menm gen yon mari aswè a pou fè fis,
RUT 1:13 Èske konsa nou ta tann jiskaske yo ta grandi? Èske pou sa, nou ta refize marye? Non fi mwen yo, sa fè m tris pou ka nou yo. Paske, men SENYÈ a gen tan parèt kont mwen.”
RUT 1:14 Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li.
RUT 1:15 Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.”
RUT 1:16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m.
RUT 1:17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”
RUT 1:18 Lè li wè ke li te fin pran desizyon pou ale avè l, li pa t di l anyen ankò.
RUT 1:19 Konsa yo ale ansanm jis rive Bethléhem. Lè yo te rive Bethléhem, tout vil la te boulvèse akoz yo menm. Fanm yo te di: “Se Naomi sa a?”
RUT 1:20 Li te di yo: “Pa rele m Naomi. Rele m Mara, paske Toupwisan an te aji byen anmè avè m.
RUT 1:21 Mwen te sòti plen, men SENYÈ a mennen m tounen vid. Poukisa nou rele m Naomi, konsi SENYÈ a gen tan temwaye kont mwen, e Toupwisan an te aflije mwen?”
RUT 1:22 Konsa Naomi te retounen, epi avèk li, Ruth, Moabit la, bèlfi li ki te retounen soti nan peyi Moab la. Yo te vini Bethléhem nan kòmansman rekòlt lòj la.
RUT 2:1 Alò Naomi te gen yon fanmi pwòch a mari li, yon nonm avèk anpil richès, ki sòti nan fanmi Élimélec, ki te rele Boaz.
RUT 2:2 Ruth, Moabit la te di a Naomi: “Souple, kite mwen ale ranmase lòj pami tèt sereyal yo nan chan a sila ke mwen kapab twouve favè nan zye li.” Epi li te di l: “Ale fi mwen.”
RUT 2:3 Konsa, li te sòti pou te ale ranmase nan chan an apre moun rekòlt yo. Epi li te vin rive nan pòsyon chan ki te pou Boaz la, ki te manm fanmi Élimélec la.
RUT 2:4 Alò vwala, Boaz te sòti Bethléhem pou te di a moun rekòlt yo: “Ke SENYÈ a kapab avèk nou.” Epi yo te di li: “Ke SENYÈ a beni nou.”
RUT 2:5 Konsa, Boaz te di a sèvitè li ki te an chaj moun rekòlt yo: “Pou kilès jenn fanm sila a?”
RUT 2:6 Sèvitè an chaj la te reponn: “Se jenn fanm Moabit ki te retounen avèk Naomi soti nan peyi Moab la.
RUT 2:7 Li te di nou: ‘Souple, kite mwen ranmase e sanble apre moun rekòlt yo pami pakèt mwasonyè yo.’ Konsa, li te vini e te rete soti nan maten pou jis rive koulye a, sòf ke li te chita nan kay la pou yon ti tan.”
RUT 2:8 Alò, Boaz te di a Ruth: “Koute byen fi mwen! Pa ale ranmase nan chan lòt moun. Anplis, pa kite chan sila a, men rete isit la avèk sèvant mwen yo.
RUT 2:9 Kite zye ou rete sou chan ke yo rekòlte a e swiv yo. Vrèman, mwen te kòmande sèvitè mwen yo pou pa touche ou. Lè ou swaf, ale nan veso dlo yo pou bwè nan sa ke sèvitè yo rale.”
RUT 2:10 Alò, li te tonbe sou figi li e te bese ba atè. Li te di l: “Poukisa mwen jwenn favè nan zye w konsa, pou ou ta wè m, paske se yon etranje ke mwen ye?”
RUT 2:11 Boaz te reponn li: “Tout sa ke ou te fè pou bèlmè ou apre lanmò mari ou te deklare nèt a mwen menm; jan ou te kite papa ou avèk manman ou, peyi nesans ou e te vini a yon pèp ke ou pa t menm konnen oparavan.
RUT 2:12 Ke SENYÈ a kapab bay ou rekonpans pou travay sa a, e ke salè ou ki sòti nan SENYÈ a vin plen nèt; Li menm Bondye a Israël la, anba zèl a sila ou te vini mande refij la.”
RUT 2:13 Epi li te di: “Kite mwen jwenn favè nan zye ou, patwon mwen, paske ou te fè m jwenn konfò e vrèman te pale pawòl emab anvè sèvant ou, malgre mwen pa youn nan sèvant ou yo.”
RUT 2:14 Nan lè manje a, Boaz te di li: “Vin isit la, pou ou kapab manje nan pen an e fonse mòso pen ou an nan vinèg la.” Konsa li te chita akote moun rekòlt yo. Li te sèvi li sereyal boukannen; li te manje, te satisfè, epi te gen rès ki rete.
RUT 2:15 Lè li te leve pou ale ranmase, Boaz te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Kite li ranmase menm pami pakèt yo, pa bay li pwoblèm.
RUT 2:16 Anplis, nou va rale kèk nan pakèt yo eksprè e kite li la pou li kapab ranmase e pa repwoche l.”
RUT 2:17 Konsa Ruth te ranmase nan chan an jis rive nan aswè. Lè li te bat sa li te ranmase yo, li te anviwon yon efa lòj.
RUT 2:18 Li te pran li e te antre nan vil la pou bèlmè li te wè sa ke li te ranmase yo. Li anplis te rale bay Naomi sa ki te rete lè li menm te fin satisfè.
RUT 2:19 Bèlmè li te di li: “Kote ou te ranmase jodi a e kibò ou te travay? Pou sila ki te pran enterè nan ou yo kapab beni!” Konsa, li te di bèlmè li avèk ki moun li te travay, epi te di: “Non a mesye a avèk sila mwen te travay jodi a te Boaz.”
RUT 2:20 Naomi te di bèlfi li: “Ke li menm kapab beni pa SENYÈ a ki pa t retire mizerikòd li sou vivan yo ak sou mò yo.” Ankò, Naomi te di a li: “Nonm nan se fanmi nou, li se youn nan fanmi pwòch nou yo.”
RUT 2:21 Alò Ruth Moabit la te di, “Anplis, li te di mwen: ‘Ou dwe rete pre sèvitè mwen yo jiskaske yo fin fè rekòlt mwen.’”
RUT 2:22 Naomi te di a Ruth, bèlfi li a: “Sa bon pitit mwen pou ou sòti avèk sèvant li yo, pou kèk lòt moun pa vin tonbe sou ou nan yon lòt chan.”
RUT 2:23 Konsa li te rete pre sèvant Boaz yo pou ranmase jiska fen rekòlt lòj la avèk ble a. Epi li te rete lakay bèlmè li.
RUT 3:1 Alò Naomi, bèlmè li a te di l: “Fi mwen, èske m pa dwe chache sekirite pou ou, pou sa kapab ale byen pou ou?
RUT 3:2 Alò èske Boaz avèk sèvant li kote ou te ye yo, èske se pa pwòch fanmi pa nou? Gade byen, l ap vannen lòj nan glasi a aswè a.
RUT 3:3 Pou sa, lave kò ou, onksyone ou e mete pi bèl rad ou yo pou desann nan glasi vannen an. Men pa fè nonm nan konnen kilès ou ye jiskaske li fin manje ak bwè.
RUT 3:4 Li va rive ke lè li fin kouche, ke ou va remake byen kote li kouche a, epi ou va ale dekouvri pye li e kouche la. Konsa li va di ou kisa pou w fè.”
RUT 3:5 Epi li te di li: “Tout sa ou di m fè, mwen va fè l.”
RUT 3:6 Konsa, li te desann kote glasi vannen an pou te fè selon tout sa ke bèlmè li te kòmande li yo.
RUT 3:7 Lè Boaz te fin manje ak bwè, kè l te kontan. Konsa li te ale kouche nan pwent pil lòj la, e Ruth te vin kote li an sekrè. Konsa, li te dekouvri pye li pou te kouche la.
RUT 3:8 Li te vin rive nan mitan nwit lan ke nonm nan te sibitman santi yon bagay, epi lè l panche devan an, men yon fanm te kouche la nan pye li.
RUT 3:9 Li te di: “Kilès ou ye?” Li te reponn: “Mwen se Ruth, sèvant ou a. Konsa, tann kouvèti ou sou sèvant ou a, paske ou se pwòch fanmi pa m.”
RUT 3:10 Epi li te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, fi mwen. Ou te montre dènye favè ou a pi bèl pase premye a! Konsa, ke ou pa t kouri dèyè jennonm yo, kit rich, kit pòv.
RUT 3:11 Alò fi mwen, pa pè; mwen va fè pou ou nenpòt sa ke ou mande, paske tout pèp nan vil la konnen ke ou se yon fanm plen kalite.
RUT 3:12 Alò, se vre ke mwen se yon pwòch fanmi. Men gen yon fanmi pi pre pase m.
RUT 3:13 Rete pou nwit lan e lè maten rive, si li va peye ranson ou, trè byen; kite li peye ranson ou. Men si li pa vle peye ranson ou, alò, kon SENYÈ a viv la, mwen va peye ranson ou! Kouche la jis rive nan maten.”
RUT 3:14 Konsa, li te kouche nan pye li jis rive nan maten e te leve avan youn ta kab rekonèt lòt. Konsa, Boaz te di: “Pa kite li vin konnen ke fanm nan te vini nan glasi vannen an.”
RUT 3:15 Ankò li te di: “Ban mwen manto ki sou ou a e kenbe li.” Konsa, li te kenbe li e li te mezire sis mezi nan lòj la e te poze l sou li. Epi li te antre nan vil la.
RUT 3:16 Lè li te rive vè bèlmè li, li te di: “Kijan sa te sòti, fi mwen?” Epi li te di li tout sa ke nonm nan te fè pou li.
RUT 3:17 Li te di: “Men sis mezi lòj li te ban mwen yo, paske li te di: ‘Pa kite men a bèlmè ou vid.’”
RUT 3:18 Epi li te di: “Tann, fi mwen, jiskaske ou konnen kijan afè sa vin fini, paske nonm nan p ap pran repo jiskaske li fin regle li jodi a menm.”
RUT 4:1 Alò Boaz te monte nan pòtay la e te chita la. Konsa, fanmi pwòch a sila Boaz te pale a t ap pase. Epi li te di: “Vire akote, zanmi m; vin chita la!” Epi li te vire akote e te chita.
RUT 4:2 Li te pran dizòm nan ansyen lavil yo, epi te di: “Vin chita isit la.” Konsa, yo te vin chita.
RUT 4:3 Epi li te di a fanmi pwòch la: “Naomi, ki te vin retounen soti nan peyi Moab la, ap oblije vann mòso tè ki te pou frè nou an, Élimélec.
RUT 4:4 Konsa, mwen te vle fè ou konnen, epi di: “Achte li devan sila ki chita yo ak devan ansyen pèp mwen yo. Si ou va peye ranson li, peye ranson li; men si ou p ap fè sa, fè m konnen; paske nanpwen pèsòn ke ou menm pou peye ranson li, e se mwen aprè ou.” Konsa li te di: “Mwen va peye ranson li.”
RUT 4:5 Epi Boaz te di: “Nan jou ke ou achte chan an nan men Naomi an, fòk osi ou pran Ruth, Moabit la, vèv a mò a, pou ou kapab fè leve non a sila ki mouri an sou eritaj pa li.”
RUT 4:6 Pwòch fanmi an te di: “Mwen pa kapab peye ranson li pou kont mwen; paske mwen ta mete pwòp eritaj mwen an danje. Peye ranson li pou kont ou; ou kapab genyen dwa ranson pa m nan. Paske, mwen pa kapab peye ranson li.”
RUT 4:7 Alò sa se te koutim lontan an Israël pou ranson ak echanj tè pou vin an lòd avèk nenpòt afè. Yon nonm ta retire sapat li, te lonje li bay yon lòt. Se konsa pou te fè atestasyon an Israël.
RUT 4:8 Konsa, pwòch fanmi an te di Boaz: “Achte li pou kont ou.” Epi li te retire sandal li.
RUT 4:9 Alò, Boaz te di a lansyen yo ak tout pèp la: “Nou se temwen jodi a ke mwen te achte soti nan men Naomi tout sa ki te pou Élimélec yo ak tout sa ki te pou Kiljon avèk Machlon yo.
RUT 4:10 Anplis, mwen te pran Ruth, Moabit la, vèv a Machlon an, kon madanm mwen, jis pou non a mò a kapab leve sou eritaj pa li. Pou non a mò a pa vin dekoupe soti nan frè li yo, ni nan rejis tribinal nesans li a. Nou se temwen jodi a.”
RUT 4:11 Tout pèp la te la nan tribinal la ak lansyen yo te di: “Nou se temwen Ke SENYÈ a kapab fè fanm k ap antre lakay ou a tankou Rachel avèk Léa, tou de ki te bati lakay Israël la. Epi ke ou va reyisi richès ou nan Éphrata e vin rekonèt pa tout moun nan Bethléhem nan.
RUT 4:12 Anplis, ke lakay pa w kapab vin tankou lakay Pérets, ke Tamar te fè pou Juda, ak desandan ke SENYÈ a va bannou pa jenn fanm sila a.”
RUT 4:13 Konsa Boaz te pran Ruth. Li te devni madanm li, epi li te antre ladann. Konsa SENYÈ a te fè l kapab vin ansent e li te fè yon fis.
RUT 4:14 Alò fanm yo te di a Naomi: “Beni se SENYÈ a ki pa t kite ou san redanmtè jodi a. Ke non li kapab vin rekonèt toupatou an Israël!
RUT 4:15 Anplis ke li kapab devni pou ou yon redanmtè lavi ak yon soutyen pou vyeyès ou. Anplis, pou bèlfi ou, ki renmen ou e ki pran swen ou pi byen pase sèt fis ki te bay li nesans.
RUT 4:16 Alò, Naomi te pran pitit la, te fè l kouche sou janm li yo pou te pran swen li.”
RUT 4:17 Fanm vwazinaj la te bay li non an, epi te di: “Yon fis te ne pa Naomi!” Konsa, yo te rele li Obed. Li se papa a Jessé, papa a David.
RUT 4:18 Alò, sila yo se jenerasyon a Pérets yo: Pérets te fè Hetsron,
RUT 4:19 Hetsron te fè Ram; Ram te fè Amminadab;
RUT 4:20 Amminadab te fè Nachschon; Nachschon te fè Salmon;
RUT 4:21 Salmon te fè Boaz; Boaz te fè Obed;
RUT 4:22 Obed te fè Jessé; epi, Jessé te fè David.
1SA 1:1 Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an.
1SA 1:2 Li te gen de madanm: youn te rele Anne e lòt la te Peninna. Peninna te fè pitit, men Anne pa t fè pitit.
1SA 1:3 Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a.
1SA 1:4 Lè jou a te vini pou Elkana te fè sakrifis yo, li ta bay yon pòsyon a Peninna, madanm li an e a tout fis li yo avèk fi li yo.
1SA 1:5 Men a Anne, li ta bay yon pòsyon doub, paske li te renmen Anne; men SENYÈ a te fèmen vant li.
1SA 1:6 Men lòt madanm nan avèk kè anmè te konn chache pwovoke l pou fè l fache akoz SENYÈ a te fèmen vant li.
1SA 1:7 Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje.
1SA 1:8 Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”
1SA 1:9 Konsa, Anne te leve lè l te fin manje ak bwè nan Silo. Alò Éli, prèt la, te chita sou chèz akote poto pòt tanp SENYÈ a.
1SA 1:10 Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè.
1SA 1:11 Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”
1SA 1:12 Alò, li te vin rive ke pandan li t ap priye devan SENYÈ a, Éli t ap gade bouch li.
1SA 1:13 Selon Anne, li t ap priye nan kè l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t fè bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou.
1SA 1:14 Alò Éli te di li: “Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou.”
1SA 1:15 Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a.
1SA 1:16 Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen.”
1SA 1:17 Alò, Éli te reponn e te di: “Ale anpè. Epi ke Bondye Israël la kapab ba ou sa ou mande L la.”
1SA 1:18 Anne te reponn: “Ke sèvant ou twouve favè nan zye ou.” Konsa, fanm nan te al fè wout li. Li te vin manje e figi li pa t tris ankò.
1SA 1:19 Alò, yo te leve granmmaten pou te adore SENYÈ a, epi te retounen lakay yo nan Rama. Konsa, Elkana te antre an relasyon avèk Anne, madanm li an, e SENYÈ a te sonje li.
1SA 1:20 Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. Li te di: “Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li.”
1SA 1:21 Nonm nan, Elkana te monte avèk tout lakay li pou fè ofrann sakrifis bay SENYÈ a ak pou peye ve li a.
1SA 1:22 Men Anne pa t monte, paske li te di a mari li: “Mwen p ap monte jiskaske pitit la sevre. Epi mwen va pote li pou l kapab parèt devan SENYÈ a pou l rete la nèt.”
1SA 1:23 Elkana, mari li te di li: “Fè sa ki sanble bon a ou menm. Rete jiskaske ou sevre li; sèlman ke SENYÈ a kapab acheve pawòl li.” Konsa, fanm nan te rete pran swen pitit la jiskaske li te vin sevre.
1SA 1:24 Alò, lè li te fin sevre li, li te pran li monte avè l ansanm avèk yon towo twazan, yon efa farin, ak yon boutèy diven. Li te mennen li lakay a SENYÈ a nan Silo, malgre pitit la te tèlman piti.
1SA 1:25 Konsa, yo te touye towo a e te mennen gason an bay Éli.
1SA 1:26 Anne te di: “O mèt mwen! Tankou nanm ou viv la, mèt mwen, mwen se fanm ki te kanpe la bò kote ou a, ki t ap priye a SENYÈ a.
1SA 1:27 Se pou gason sila a ke m te priye a, e SENYÈ a te ban mwen demand ke m te fè Li a.
1SA 1:28 Konsa, mwen te konsakre li bay SENYÈ a. Pou tout tan ke li ta viv li konsakre a SENYÈ a.” Konsa, Samuel te adore SENYÈ a la sou plas.
1SA 2:1 Anne te priye e te di: “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a! Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a. Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo, akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.
1SA 2:2 Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a. Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm, ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.
1SA 2:3 “Pa pale kè anfle ankò, pa kite awogans sòti nan bouch ou. Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans, e avèk Li, tout zak yo peze nan balans.
1SA 2:4 “Banza a pwisan yo vin fann, kraze nèt, men fèb yo vin gen fòs.
1SA 2:5 Sila ki te gen vant plen yo vin vann tèt yo pou achte pen, men sila ki te grangou vin satisfè. Menm sila ki te esteril la fè sèt pitit, men Sila ki te fè anpil pitit la vin sispann.
1SA 2:6 “Se SENYÈ a ki detwi e ki fè viv. SENYÈ a rale desann nan sejou lanmò yo, e Li leve wo.
1SA 2:7 SENYÈ a fè pòv ak rich. Li abese e anplis, Li leve.
1SA 2:8 Li leve malere sòti nan pousyè. Li leve sila ki nan bezwen an soti nan pil sann nan, pou yo chita avèk prens yo, e jwenn yon chèz donè kòm eritaj. Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye. Li te plase lemond sou yo.
1SA 2:9 L ap pwoteje pye a sen Li yo; men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.
1SA 2:10 Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”
1SA 2:11 Elkana te ale lakay li Rama. Men gason an te fè sèvis SENYÈ a devan Éli, prèt la.
1SA 2:12 Alò, fis a Éli yo te vagabon. Yo pa t konnen SENYÈ a,
1SA 2:13 ni koutim prèt yo avèk pèp pa yo. Lè yon moun t ap ofri yon sakrifis, sèvitè a prèt la te konn vini pandan vyann nan t ap bouyi avèk yon fouch twa pwent nan men l.
1SA 2:14 Konsa, li te konn fonse l nan kivèt ak chodyè a, oswa bonm nan, oswa po a. Epi tout sa ke fouch la fè leve, prèt la ta pran l pou kont li. Konsa yo te fè tout Izrayelit yo ki parèt nan Silo.
1SA 2:15 Anplis, avan yo te brile grès la, sèvitè prèt la te vini e te di a mesye ki t ap fè sakrifis la: “Bay prèt la vyann pou boukannen; paske li p ap pran vyann bouyi nan men nou, sèl sa ki poko kwit.”
1SA 2:16 Si mesye a ta di li: “Fòk yo brile grès la avan e apre, ou kab pran sa ou pito,” Alò, li ta di: “Non, men se koulye a, pou ou ban mwen li. Si se pa konsa, m ap sezi l pa lafòs.”
1SA 2:17 Konsa, peche jennonm yo te trè gran devan SENYÈ a, paske moun te meprize ofrann SENYÈ a.
1SA 2:18 Alò Samuel te fè sèvis devan SENYÈ a tankou yon jenn gason abiye ak yon efòd fèt ak len.
1SA 2:19 Epi manman li ta fè pou li yon ti manto pou pote ba li chak ane lè l te monte avèk mari li pou ofri sakrifis la.
1SA 2:20 Alò, Éli ta beni Elkana avèk madanm li e di: “Ke SENYÈ a ba ou pitit pa fanm sa a pou ranplase sila ke li te konsakre bay SENYÈ a.” Epi yo te ale lakay yo.
1SA 2:21 SENYÈ a te vizite Anne. Li te vin ansent e te bay nesans a twa fis ak de fi. Epi gason Samuel la te grandi devan SENYÈ a.
1SA 2:22 Alò Éli te vin trè vye. Li te tande tout sa ke fis li yo t ap fè a tout Israël la ak jan yo te kouche avèk fanm ki te sèvi nan pòtay tant asanble a.
1SA 2:23 Li te di yo: “Poukisa nou konn fè bagay parèy sa yo, bagay mechan ke m tande tout moun sa yo pale yo?
1SA 2:24 Non, fis mwen yo, rapò ke m tande sikile pami pèp la pa bon.
1SA 2:25 Si yon nonm vin peche kont yon lòt, Bondye va entèsede pou li. Men si yon nonm peche kont SENYÈ a, se kilès ki kab entèsede pou li?” Men yo pa t koute vwa a papa yo, paske SENYÈ a te vle mete yo a lanmò.
1SA 2:26 Alò, gason Samuel t ap grandi nan wotè ak nan favè avèk SENYÈ a e avèk tout moun.
1SA 2:27 Alò, yon nonm Bondye te vin kote Éli e te di li: “Men konsa SENYÈ a pale: ‘Èske Mwen pa t vrèman revele Mwen menm a kay zansèt ou yo lè yo te an Égypte nan esklavaj lakay Farawon an?
1SA 2:28 Èske Mwen pa t chwazi yo soti nan tout tribi Israël yo pou devni prèt Mwen, pou monte vè lotèl Mwen, pou brile lansan, pou pote yon efòd devan Mwen? Epi èske Mwen pa t bay lakay zansèt nou yo tout ofrann dife fis Israël yo?
1SA 2:29 Poukisa ou voye pye kont sakrifis Mwen ak sou ofrann ke M te kòmande nan kay abitasyon Mwen an, e bay onè a fis ou yo plis ke Mwen menm lè nou fè nou menm gra avèk pi bèl chwa a chak ofrann pèp Mwen an, Israël?’
1SA 2:30 Pou sa, SENYÈ a, Bondye Israël la deklare: ‘Mwen te vrèman di ke lakay ou ak lakay zansèt ou yo ta dwe mache devan Mwen pou tout tan.’ Men koulye a SENYÈ a deklare: ‘Ou lwen de sa a — paske sila ki onore Mwen yo, Mwen va onore yo. Men sila ki meprize Mwen yo, Mwen va meprize yo.
1SA 2:31 Gade byen, jou yo ap vini ke Mwen va kase fòs ou ak fòs lakay zansèt nou yo jiskaske pa gen yon granmoun lakay nou.
1SA 2:32 Ou va wè twoub nan abitasyon Mwen, malgre tout byen ke m va fè pou Israël. Se pa pou tout tan ou ap gen yon granmoun lakay ou.
1SA 2:33 Moun pa w ke M pa koupe retire nèt tout sou lotèl Mwen an, jiskaske zye nou manje, e fè kè w tris nèt. Tout desandan lakay nou yo va vin mouri ak gwo fòs jenès yo toujou sou yo.
1SA 2:34 Sa va yon sign pou nou menm ki va vini konsènan de fis ou yo, Hophni avèk Phinées: Nan menm jou a, yo toude va mouri.
1SA 2:35 Men Mwen va fè leve pou kont Mwen yon prèt fidèl ki va fèt selon sa ki nan kè M ak nan nanm Mwen. Epi Mwen va bati pou li yon kay k ap dire e li va mache toujou devan onksyon Mwen.
1SA 2:36 Tout sila ki rete lakay ou yo va vin bese ba a li menm pou yon pyès ajan, oswa yon mòso pen. Yo va di: “Souple, ban m yon plas nan youn nan pozisyon prèt yo pou m kab manje yon mòso pen.”’”
1SA 3:1 Alò, Samuel te sèvi SENYÈ a devan Éli. Yon pawòl soti nan SENYÈ a te ra nan jou sa yo, e vizyon yo pa t fèt souvan.
1SA 3:2 Li te rive nan lè sa a ke pandan Éli te kouche nan plas li, (alò, vizyon li te kòmanse febli; li pa t kab wè byen),
1SA 3:3 epi lanp Bondye a potko etenn e Samuel te kouche nan tanp SENYÈ a kote lach Bondye a te ye a,
1SA 3:4 ke SENYÈ a te rele Samuel. Li te reponn: “Men mwen isit la!”
1SA 3:5 Alò, li te kouri vè Éli e te di: “Men mwen, paske ou te rele m.” Men Éli te di: “Mwen pa t rele ou. Ale kouche ankò.” Konsa, li te retounen kouche.
1SA 3:6 Senyè a te rele ankò: “Samuel!” Konsa, Samuel te leve, li te ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele m.” Men li te reponn: “Mwen pa t rele ou, fis mwen, ale kouche ankò.”
1SA 3:7 Alò, Samuel potko konnen SENYÈ a, ni pawòl SENYÈ a potko revele a li.
1SA 3:8 Alò, SENYÈ a te rele Samuel ankò pou yon twazyèm fwa. Epi li te leve ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele mwen.” Konsa, Éli te vin apèsi ke SENYÈ a t ap rele gason an.
1SA 3:9 Epi Éli te di a Samuel: “Ale kouche e li va fèt ke si Li rele ou, ke ou va di: ‘Pale, SENYÈ a, paske sèvitè ou ap koute ou.’” Konsa, Samuel te ale kouche nan plas li.
1SA 3:10 Alò SENYÈ a te vin kanpe e Li te rele tankou lòt fwa yo: “Samuel! Samuel!” Epi Samuel te di: “Pale, paske sèvitè ou ap koute ou.”
1SA 3:11 SENYÈ a te di a Samuel: “Veye byen, Mwen prèt pou fè yon bagay an Israël k ap fè zòrèy tout moun an Israël vin toudi.
1SA 3:12 Nan jou sa a, Mwen va pote kont Éli tout sa ke M te pale selon lakay li, soti nan kòmansman, jiska lafen.
1SA 3:13 Paske Mwen te di li ke Mwen prèt pou jije lakay li pou tout tan pou inikite ke li te konnen yo. Akoz fis li yo te mennen yon madichon sou pwòp tèt yo, e li pa t repwoche yo.
1SA 3:14 Pou sa, mwen te fè temwen anvè lakay Éli ke inikite lakay Éli p ap padone, ni avèk ofrann, ni avèk sakrifis.”
1SA 3:15 Konsa, Samuel te kouche jis rive nan maten. Li te ouvri pòt lakay SENYÈ a. Men li te krent pou pale Éli vizyon an.
1SA 3:16 Alò, Éli te rele Samuel e te di: “Samuel, fis mwen.” Epi li te di: “Men mwen.”
1SA 3:17 Li te di: “Ki pawòl ke Li te pale ou a? Souple, pa kache l pou mwen. Ke Bondye fè l konsa a ou menm, e menm plis osi, si ou kache yon bagay a mwen nan tout pawòl ke li te pale ou yo.”
1SA 3:18 Konsa, Samuel te di li tout bagay. Li pa t kache anyen a li menm. Epi li te di: “Li se SENYÈ a; kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.”
1SA 3:19 Konsa, Samuel te grandi, SENYÈ a te avèk li e Li pa t kite okenn nan pawòl li yo manke reyisi.
1SA 3:20 Tout Israël soti nan Dan jis rive menm Beer-Schéba te konnen ke Samuel te konfime kòm yon pwofèt a SENYÈ a.
1SA 3:21 Epi SENYÈ a te vin parèt ankò nan Silo, paske SENYÈ a te revele Li menm a Samuel nan Silo selon pawòl Bondye a.
1SA 4:1 Konsa, pawòl a Samuel te rive a tout Israël. Alò, Israël te sòti pou rankontre Filisten yo nan batay. Yo te fè kan akote Ében-Ézer pandan Filisten yo te rete Aphek.
1SA 4:2 Filisten yo te parèt nan ranje batay yo pou rankontre Israël. Lè batay la te gaye, Israël te vin bat devan Filisten yo ki te touye anviwon kat-mil òm sou chan batay la.
1SA 4:3 Lè pèp la te antre nan kan an, ansyen a Israël yo te di: “Poukisa SENYÈ a bat nou konsa jodi a devan Filisten yo? Annou pran pou nou menm lach akò a pou l soti Silo. Konsa, li kapab vini pami nou e livre nou sòti anba pouvwa lènmi nou yo.”
1SA 4:4 Epi pèp la te voye Silo e soti la, yo te pote lach akò SENYÈ dèzame a, ki chita anwo cheriben yo. Epi de fis a Éli yo: Hophni avèk Phinées, te la avèk lach akò Bondye a.
1SA 4:5 Pandan lach akò SENYÈ a te antre nan kan an, tout Israël te kriye avèk yon gwo kri, jiskaske tè a te vin sone.
1SA 4:6 Lè Filisten yo te tande gwo kri sila a, yo te di: “Kisa sa vle di? Gwo kri sila a nan kan Ebre yo?” Epi yo te vin konprann ke lach SENYÈ a te antre nan kan an.
1SA 4:7 Filisten yo te krent, paske yo te di: “Bondye vin antre nan kan an.” Konsa, yo te di: “Malè a nou menm! Paske anyen parèy a sa pa t konn fèt avan.
1SA 4:8 Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a.
1SA 4:9 Pran kouraj e mete gason sou nou, O Filisten yo, oswa nou va devni esklav a Ebre yo jis jan ke yo te esklav nou an. Pou sa, mete gason sou nou pou nou goumen!”
1SA 4:10 Konsa, Filisten yo te goumen e Israël te bat. Tout mesye yo te sove ale rive nan pwòp tant yo. Masak la te byen gwo, e te vin tonbe an Israël trant-mil sòlda a pye.
1SA 4:11 Anplis, lach Bondye a te sezi pran; epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te mouri.
1SA 4:12 Konsa yon mesye a Benjamin te kouri sòti nan chan batay yo pou te parèt Silo nan menm jou a avèk rad li chire ak pousyè sou figi li.
1SA 4:13 Lè li te vini, vwala, Éli te chita sou chèz li akote wout la pou veye tann, akoz kè li t ap tranble pou lach SENYÈ a. Konsa, mesye a te vin pale sa nan vil la e tout vil la te kriye fò.
1SA 4:14 Lè Éli te tande bri kriye a, li te di: “Kisa bri kriye sa a vle di?” Epi mesye a te vini avèk vitès e li te pale Éli.
1SA 4:15 Alò, Éli te gen laj a katrevendizuit ane, zye li te fikse epi li pa t kab wè.
1SA 4:16 Mesye a te di a Éli: “Mwen se sila ki te sòti nan chan batay la. Vrèman, mwen te chape sòti nan chan batay la jodi a.” Epi Éli te mande: “Kijan tout bagay te mache, fis mwen?”
1SA 4:17 Konsa, sila ki te pote nouvèl la te reponn: “Israël te sove ale devan Filisten yo, e te genyen osi, yon gwo masak pami pèp la. Anplis, de fis ou yo, Hophni avèk Phinées mouri, e lach Bondye a te kaptire.”
1SA 4:18 “Lè li te mansyone lach Bondye a, Éli te tonbe sou chèz li pa dèyè akote pòtay la. Kou li te kase, e li te mouri, paske li te fin granmoun e li te gra.” Konsa, li te jije Israël pandan karant ane.
1SA 4:19 Alò, bèlfi li, madanm a Phinées te ansent e prèt pou akouche. Lè li te tande nouvèl ke lach Bondye a te pran an kaptivite e ke bòpè li avèk mari li te mouri, li te bese sou jenou li e te akouche, paske doulè li te vin rive sou li.
1SA 4:20 Epi nan lè li t ap mouri an, fanm ki te kanpe akote li a te di li: “Pa pè, paske ou te bay nesans a yon fis.” Men li pa t reponn li ni li pa t okipe li.
1SA 4:21 Konsa, li te rele gason an I-Kabod, e te di: “Laglwa Israël pati!” akoz lach Bondye a te pran an kaptivite e akoz bòpè li avèk mari li.
1SA 4:22 Li te di: “Laglwa gen tan pati soti an Israël; paske lach Bondye a te pran an kaptivite.”
1SA 5:1 Alò, Filisten yo te pran lach Bondye a e yo te mennen li soti Ében-Ézer pou rive Asdod.
1SA 5:2 Filisten yo te pran lach Bondye a, yo te mennen li lakay Dagon e yo te poze li akote Dagon.
1SA 5:3 Lè Asdodyen yo te leve granmmaten an, veye byen, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, yo pran Dagon e mete li nan plas li ankò.
1SA 5:4 Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li.
1SA 5:5 Akoz sa, ni prèt Dagon yo ni tout moun ki antre lakay Dagon nan Asdod jis rive jodi a, pa janm foule pye yo nan papòt Dagon an.
1SA 5:6 Alò men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te fè yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni tèritwa li yo.
1SA 5:7 Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: “Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an.”
1SA 5:8 Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: “Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?” Yo te reponn: “Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath.” Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive.
1SA 5:9 Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton yo te vin pete sou yo.
1SA 5:10 Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron. Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: “Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an.”
1SA 5:11 Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. Men SENYÈ a te lou kote sa a.
1SA 5:12 Epi Mesye ki pa t mouri yo te frape avèk gwo boul bouton yo, e gwo kri lavil la te monte jis rive nan syèl la.
1SA 6:1 Alò, lach SENYÈ a te nan peyi Filisten yo pandan sèt mwa.
1SA 6:2 Konsa, Filisten yo te rele prèt yo avèk divinò yo, e te di yo: “Kisa pou nou fè avèk lach SENYÈ a? Di nou kijan nou dwe voye li nan plas li.”
1SA 6:3 Yo te di: “Si ou voye lach Bondye Israël la ale, pa voye li vid, men ou va anverite, remèt Li yon ofrann koupab. Konsa nou va geri e li va vin konprann poukisa men L poko retire sou nou.”
1SA 6:4 Yo te reponn: “Kisa nou dwe voye kòm ofrann koupab pou remèt Li a?” Epi yo te di: “Senk imaj boul bouton fèt an lò avèk senk imaj sourit fèt an lò nan non prens Filisten yo. Paske se te yon sèl fleyo ki te vini sou nou tout ak sou prens nou yo.
1SA 6:5 Konsa nou va fè yo sanblab a boul bouton nou yo, e sanblab a sourit ki anvayi peyi nou an, epi nou va bay glwa a Bondye Israël la. Petèt Li kab lache men l sou nou.
1SA 6:6 Poukisa nou fè kè di tankou Ejipsyen yo avèk Farawon te fè kè yo di a? Lè li te fin aji sevèman avèk yo, èske li pa t kite pèp la ale e yo te ale?
1SA 6:7 “Pou sa, ale fè yon kabwèt nèf avèk de vach nouris ki pa t janm rale chaj. Fè vach yo rale chaj sou kabwèt la e retire ti bèf yo mennen yo lakay, lwen yo.
1SA 6:8 Pran lach SENYÈ a e mete li sou kabwèt la, epi mete bagay an lò ke nou ap retounen bay kòm ofrann koupab la nan yon bwat akote li. Alò, voye li ale pou li kapab ale.
1SA 6:9 Veye, si li monte pa chemen Béth-Schémesch. Konsa n a konnen se Li menm ki fè nou gwo malè sila a. Men si se pa konsa; alò, nou va konnen ke se pa men Li menm ki te frape nou an, men sa te vin rive pa aza.”
1SA 6:10 Se konsa mesye yo te fè. Yo te pran de vach nouris, yo te fè yo rale chaj nan kabwèt la e te fèmen ti bèf yo lakay.
1SA 6:11 Yo te mete lach SENYÈ a sou kabwèt la e bwat la avèk sourit an lò ak imaj gwo boul bouton yo.
1SA 6:12 Epi vach yo te pran wout dwat nan direksyon Beth-Schémesch. Yo te fè wout nan gran chemen an. Yo te rele fò pandan yo nan wout la, e yo pa t vire akote ni adwat, ni agoch. Prens Filisten yo te swiv yo jis rive nan lizyè Beth-Schémesch la.
1SA 6:13 Alò, Beth-Schémesch t ap fè rekòlt ble pa yo nan vale a. Yo te leve zye yo, yo te wè lach la, e yo te kontan wè li.
1SA 6:14 Kabwèt la te vini nan chan Josué a, moun Beth-Schémech, e li te kanpe la kote ki te gen yon gwo wòch. Konsa, yo te fann bwa kabwèt la e yo te ofri vach yo kòm ofrann brile a SENYÈ a.
1SA 6:15 Levit yo te desann lach SENYÈ a ak bwat ki te avèk li a. Andedan te gen tout bagay an lò yo e yo te mete yo sou gwo wòch la. Epi mesye Beth-Schémech yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis nan jou sa a bay SENYÈ a.
1SA 6:16 Lè senk prens Filisten yo te fin wè li, yo te retounen Ékron menm jou a.
1SA 6:17 Sa yo se imaj gwo boul bouton an lò ke Filisten yo te remèt kòm yon ofrann koupab bay SENYÈ a: youn pou Asdod, youn pou Gaza, youn pou Askalon, youn pou Gath e youn pou Ékron;
1SA 6:18 anplis ak sourit an lò yo, selon kantite a tout vil Filisten ki te pou senk prens yo, vil fòtifye yo ak bouk andeyò yo. Gwo wòch kote yo te mete lach SENYÈ a se yon temwen jis rive jodi a nan chan Josué a, moun Beth-Schémech la.
1SA 6:19 Li te frape e fè mouri kèk mesye Beth-Schémech akoz yo te gade anndan lach SENYÈ a. Li te frape pami tout pèp la, senkant-mil-swasann-dis òm e pèp la te vin dezole akoz SENYÈ a te frape yo avèk yon gwo masak.
1SA 6:20 Mesye Beth-Schémech yo te di: “Se kilès ki kab kanpe devan SENYÈ Bondye sen sila a? Epi a kilès pou Li ta monte kite nou?”
1SA 6:21 Konsa, yo te voye mesaje yo vè moun Kirjath-Jearim yo e te di: “Filisten yo te pote lach SENYÈ a retounen. Vin desann pran li monte kote nou an.”
1SA 7:1 Epi mesye nan Kirjath-Jearim yo te vin pran lach SENYÈ a e te pote li antre lakay Abinadab sou ti mòn nan, epi yo te konsakre Éléazar, fis li a, pou okipe lach SENYÈ a.
1SA 7:2 Soti nan jou ke lach la te rete Kirjath-Jearim nan, tan ekoule a te byen long—paske li te pran ventan avan tout lakay Israël te fè lamantasyon devan SENYÈ a.
1SA 7:3 Konsa Samuel te pale a tout lakay Israël la, e te di: “Si nou retounen vè SENYÈ a avèk tout kè nou, si nou retire dye etranje yo avèk Asheroth soti nan mitan nou, si nou dirije kè nou vè SENYÈ a, e sèvi Li sèl, Li va delivre nou soti nan men a Filisten yo.”
1SA 7:4 Konsa, fis Israël yo te retire Baal yo ak Astarté yo pou te sèvi sèl SENYÈ a.
1SA 7:5 Alò, Samuel te di: “Rasanble tout Israël nan Mitspa e mwen va priye a SENYÈ a pou nou.”
1SA 7:6 Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: “Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa.
1SA 7:7 Alò, lè Filisten yo te tande ke fis Israël yo te rasanble nan Mitspa, e prens a Filisten yo te vin monte kont Israël. Lè fis Israël yo te tande sa, yo te krent Filisten yo.
1SA 7:8 Pou sa a, fis Israël yo te di a Samuel: “Pa sispann kriye a SENYÈ Bondye nou an pou nou, pou Li kapab sove nou soti nan men a Filisten yo.”
1SA 7:9 Samuel te pran yon ti mouton ki potko sevre e li te ofri tout li kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a. Samuel te kriye a SENYÈ a pou Israël e SENYÈ a te reponn li.
1SA 7:10 Pandan Samuel t ap ofri ofrann brile a, Filisten yo te rapwoche pou fè batay kont Israël. Men SENYÈ a te gwonde nan jou sa a kont Filisten yo. Li te fè yon malkonprann antre yo, e Li te boulvèse yo devan Israël.
1SA 7:11 Mesye Israël yo te sòti nan Mitspa pou te kouri dèyè Filisten yo e yo te frape yo ba jis rive piba Beth-Car.
1SA 7:12 Alò, Samuel te pran yon gwo wòch, e li te poze li antre Mitspa ak Schen e li te ba li non a Ében-Ézer. Li te di: “Jis rive la, SENYÈ a te ede nou.”
1SA 7:13 Konsa, Filisten yo te vin soumèt, e yo pa t vin ankò anndan fwontyè Israël la. Konsa, men SENYÈ a te kont Filisten yo pandan tout jou a Samuel yo.
1SA 7:14 Vil ke Filisten yo te sezi soti an Israël yo te restore a Israël, soti Ékron jis rive Gath. Epi Israël te rachte tèritwa yo nan men a Filisten yo. Konsa, te gen lapè antre Israël ak Amoreyen yo.
1SA 7:15 Alò, Samuel te jije Israël pandan tout jou lavi li yo.
1SA 7:16 Li te konn ale chak ane fè yon tou Béthel avèk Guilgal, ak Mitspa, e li te jije Israël tout kote sa yo.
1SA 7:17 Alò vwayaj retou li sete nan Rama; paske se la lakay li te ye. Se la li te jije Israël; epi li te bati la yon lotèl bay SENYÈ a.
1SA 8:1 Li te vin rive ke lè Samuel te vin granmoun ke li te apwente fis li yo kòm jij sou Israël.
1SA 8:2 Alò, non a premye ne a se te Joël e dezyèm nan, Abija. Yo t ap jije nan Beer-Schéba.
1SA 8:3 Malgre sa, fis li yo pa t mache nan tras pa li yo, men yo te vire akote pou reyisi avantaj malonèt, e yo te nan patipri.
1SA 8:4 Alò, tout ansyen Israël yo te rasanble, e yo te vin kote Samuel nan Rama.
1SA 8:5 Yo te di li: “Gade byen, ou fin granmoun e fis ou yo pa mache nan vwa pa w yo. Alò, chwazi yon wa pou nou pou jije nou tankou tout nasyon yo.”
1SA 8:6 Men bagay la te degoutan nan zye Samuel lè yo te di: “Bannou yon wa pou jije nou.” Samuel te priye a SENYÈ a.
1SA 8:7 SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo.
1SA 8:8 Menm jan ak tout zak ke yo te fè soti nan jou ke M te mennen yo monte soti an Égypte la, jis jodi a—-ke yo te rejte Mwen pou te sèvi lòt dye yo——konsa, y ap fè ou tou.
1SA 8:9 Alò pou sa, koute vwa pa yo. Malgre, ou va avèti yo solanèlman e fè yo konnen prensip a wa ki va renye sou yo a.”
1SA 8:10 Konsa Samuel te pale tout pawòl a SENYÈ yo a pèp la ki te mande li pou yon wa a.
1SA 8:11 Li te di: “Men prensip a wa ki va renye sou nou an. Li va pran fis nou yo pou sèvi yo pou li menm. Nan cha li e pami chevalye li yo, yo va kouri devan cha li.
1SA 8:12 Li va chwazi pou li menm kòmandan sou dè milye ak dè senkantèn, ak kèk pou raboure tè a, pou fè rekòlt pa li, pou fè zam lagè li yo, avèk tout bagay pou cha li yo.
1SA 8:13 Li va osi pran fi nou yo pou fè pafen, fè kwizin e kòm bòs boulanje.
1SA 8:14 Li va pran pi bon kilti nan chan kiltive nou yo avèk chan rezen nou yo ak chan doliv nou yo pou ba yo a sèvitè pa li yo.
1SA 8:15 Li va pran yon dizyèm nan semans nou yo ak nan chan rezen nou yo pou bay a ofisye li yo ak sèvitè li yo.
1SA 8:16 Anplis li va pran sèvitè nou yo avèk sèvant nou yo ak meyè nan jennonm yo avèk bourik nou yo pou sèvi yo pou travay pa li.
1SA 8:17 Li va pran yon dizyèm nan bann mouton nou yo e nou menm, nou va devni sèvitè li.
1SA 8:18 Konsa nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a.”
1SA 8:19 Sepandan, pèp la te refize koute vwa Samuel. Yo te di: “Non, kareman fòk nou gen yon wa sou nou,
1SA 8:20 pou nou menm tou kapab tankou tout lòt nasyon yo, pou wa nou kapab jije nou e sòti devan nou pou batay pou nou.”
1SA 8:21 Konsa, lè Samuel fin tande tout pawòl a pèp la, li te repete yo nan zòrèy a SENYÈ a.
1SA 8:22 SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa yo e chwazi pou yo yon wa.” Konsa, Samuel te di a mesye Israël yo: “Nou chak, ale nan vil pa nou.”
1SA 9:1 Alò, te gen yon mesye nan Benjamin ki te rele Kis ki te fis Abiel la, fis Tseror, fis Becorath, fis Aphiach, ki te fis a yon Benjamit. Se te yon nonm fò e plen kouraj.
1SA 9:2 Li te gen yon fis ki te rele Saül, yon jennonm ki te byen bèl. Pa t gen yon moun ki te pi bèl pami fis Israël yo. Depi zepòl li monte, li te piwo pase tout moun nan pèp la.
1SA 9:3 Alò, bourik ki te pou Kis yo, papa a Saül te pèdi. Epi Kis te di a Saül: “Alò, pran koulye a avè w youn nan sèvitè yo; leve, al chache bourik yo.”
1SA 9:4 Li te pase nan peyi ti kolin Éphraïm nan e te pase nan Schalisha, men yo pa t jwenn yo. Alò, yo te pase nan peyi Schaalim, men yo pa t twouve anyen. Alò, li te pase nan peyi Benjamin yo, men yo pat jwenn anyen.
1SA 9:5 Lè yo te rive nan peyi Tsuph, Saül te di a sèvitè ki te avèk li a: “Vini! Annou retounen, oswa papa m va sispann okipe afè bourik pou enkyete pou nou menm.”
1SA 9:6 Li te di li: “Gade byen konsa, genyen yon nonm Bondye nan vil sila a, yon nonm onore. Tout sa ke li konn di anverite vin pase. Alò, annou ale la. Petèt li kapab pale nou sou vwayaj ke nou kòmanse fè a.”
1SA 9:7 Alò Saül te di a sèvitè li a: “Men gade byen, si nou ale, kisa nou va pote pou nonm sa a? Paske pen an fini nan sak nou e nanpwen kado pou pote bay nonm Bondye a. Kisa nou genyen?”
1SA 9:8 Sèvitè a te reponn Saül ankò e te di: “Gade byen, mwen gen nan men m yon ka sik ajan ke mwen va bay a nonm Bondye a, e li va pale nou chemen nou an.”
1SA 9:9 (Lontan an Israël, lè yon nonm te monte pou konsilte Bondye li te konn di: “Vini, annou ale kote divinò a”, paske sila ki, koulye a, yo rele yon pwofèt la, lontan, te konn rele divinò.)
1SA 9:10 Saül te reponn a sèvitè a: “Byen pale! Vini, annou ale.” Konsa, yo te ale nan vil kote nonm Bondye a te ye a.
1SA 9:11 Pandan yo te monte pant vè vil la, yo te twouve jenn fanm yo ki te sot rale dlo. Yo te mande yo: “Èske divinò a isit la?”
1SA 9:12 Yo te reponn yo e te di: “Li la! Gade devan nou an! Fè vit, paske li fenk antre nan vil la jodi a. Pèp la gen yon sakrifis nan wo plas la jodi a.
1SA 9:13 Depi nou antre nan vil la, nou va jwenn avèk li avan li monte nan wo plas pou manje, paske pèp la p ap manje jiskaske li vini, akoz li oblije beni sakrifis la. Apre sa, sila ki envite yo va manje. Pou sa, monte, paske nou va jwenn li talè.”
1SA 9:14 Konsa, yo te monte lavil la. Pandan yo te antre nan vil la, vwala, Samuel t ap sòti bò kote yo pou monte nan wo plas la.
1SA 9:15 Alò, yon jou avan Saül te vini, Senyè a te montre sa a Samuel e te di:
1SA 9:16 “Vè lè sa a demen Mwen va voye yon mesye ki sòti nan peyi Benjamin yo kote ou menm. Konsa, ou va onksyone li kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël, e li va delivre pèp Mwen an anba men a Filisten yo. Paske Mwen te gade sou pèp mwen an, akoz kri pa yo gen tan rive kote Mwen.”
1SA 9:17 Lè Samuel te wè Saül, SENYÈ a te di li: “Gade byen, men mesye ke m te pale ou a! Sila a va renye sou pèp Mwen an, Israël.”
1SA 9:18 Saül te vin pwoche Samuel nan pòtay la e te di: “Souple, di m kote kay a divinò a ye.”
1SA 9:19 Samuel te reponn Saül e te di: “Se mwen menm ki divinò a. Monte devan mwen nan wo plas la, paske w ap manje avè m jodi a. Epi nan demen, mwen va kite ou ale e mwen va fè ou konnen tout sa ki nan lespri ou.
1SA 9:20 Pou afè bourik ou yo ki te pèdi twa jou pase yo, pa okipe yo, paske yo gen tan twouve. Epi se kilès ke tout Israël pito? Èske se pa ou ak pou tout lakay papa ou?”
1SA 9:21 Saül te reponn: “Èske mwen pa yon Benjamit? Pi piti nan tout tribi Israël yo? Fanmi pa m nan ki pi piti ke tout fanmi nan tribi Benjamin an? Poukisa ou pale mwen konsa?”
1SA 9:22 Alò, Samuel te pran Saül avèk sèvitè li a. Li te mennen yo antre nan gran sal la, e li te ba yo yon plas devan, nan tèt sila ki te envite yo, ki te anviwon trant mesye.
1SA 9:23 Samuel te di chèf kwizin nan: “Mennen pòsyon ke m te di ou a, sila ke m te di ou a, Mete li akote.”
1SA 9:24 Alò chèf kwizin nan te pran janm nan avèk sa ki te sou li a e li te plase li devan Saül. Konsa, Samuel te di: “Men sa ki te sere! Mete li devan ou e manje paske li te kenbe pou ou jis rive nan lè apwente a, akoz mwen te di ou ‘mwen te envite moun yo.’” Konsa, Saül te manje avèk Samuel nan jou sa a.
1SA 9:25 Lè yo te kite plas anwo a pou antre nan vil la, Samuel te pale avèk Saül anwo twati a.
1SA 9:26 Yo te leve bonè. Lè li fenk jou, Samuel te rele Saül sou twati a. Li te di: “Leve pou m kab voye ou ale.” Konsa, Saül te leve, e li menm ansanm ak Samuel te ale nan lari.
1SA 9:27 Pandan yo t ap desann pou prèske fin kite vil la, Samuel te di Saül: “Pale sèvitè a pou l ale avanse devan nou. Men ou menm, rete kanpe koulye a pou m kapab fè ou tande pawòl Bondye a.”
1SA 10:1 Konsa, Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: “Èske SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a?
1SA 10:2 Lè ou kite mwen jodi a, alò ou va jwenn de moun toupre tonm Rachel la, nan tèritwa Benjamin nan Tseltsach. Yo va di ou: ‘Bourik ke ou t ap chache yo gen tan twouve. Alò, gade byen, papa ou pa twouble tèt li ankò sou bourik yo, men li twouble pou ou menm. L ap mande: “Kisa mwen va fè konsènan pitit mwen an?”’”
1SA 10:3 Alò, ou va ale pi lwen soti la, e ou va parèt jis nan chèn Thabor a. La, twa mesye k ap monte vè Bondye Béthel yo va rankontre avè w. Youn k ap pote twa jenn kabrit, yon lòt k ap pote twa mòso pen, e yon lòt k ap pote yon po diven.
1SA 10:4 Yo va di ou: “Bonjou”, e yo va ba ou de mòso pen, ke ou va aksepte nan men yo.
1SA 10:5 Apre, ou va vini nan ti mòn Bondye a kote ganizon lame Filisten an ye a. Konsa, li va fèt ke depi ou vini la, kote vil la, ou va rankontre yon gwoup pwofèt k ap desann soti nan plas anwo a avèk gita, tanbouren, flit ak bandyo devan yo, e yo va pwofetize.
1SA 10:6 Epi Lespri Bondye a va vini sou ou avèk gwo fòs. Ou va pwofetize avèk yo, e ou va chanje pou vin yon lòt moun.
1SA 10:7 Li va rive ke lè sign sa yo parèt sou ou, ou va fè pou kont ou sa ke okazyon an mande, paske Bondye avèk ou.
1SA 10:8 “Epi ou va desann devan mwen Guilgal. Gade byen, m ap desann kote ou pou ofri ofrann brile avèk sakrifis lapè yo. Ou va tann sèt jou jiskaske mwen vin kote ou pou montre ou kisa ou ta dwe fè.”
1SA 10:9 Alò, li te rive ke lè li te vire do li pou kite Samuel, Bondye te chanje kè li, epi tout sign sa yo te rive nan jou sa a.
1SA 10:10 Lè yo te rive la, nan kote ti mòn nan, yon gwoup pwofèt te rankontre li. Epi Lespri Bondye a te vini sou li avèk fòs, jiskaske li te pwofetize pami yo.
1SA 10:11 Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? Èske Saül osi pami pwofèt yo?”
1SA 10:12 Yon mesye nan plas sa a te di: “Alò, kilès ki papa yo?” Konsa, sa te devni yon pwovèb: “Èske Saül, osi pami pwofèt yo?”
1SA 10:13 Lè li te fin pwofetize li te vini nan plas anwo a.
1SA 10:14 Alò, tonton Saül te di li avèk sèvitè li a: “Kote ou te ale?” Epi li te di: “Pou chache bourik yo. Men lè nou vin wè yo p ap kab twouve, nou te ale kote Samuel.”
1SA 10:15 Tonton Saül te di li: “Souple, di m sa ke Samuel te di ou a.”
1SA 10:16 Konsa Saül te di tonton li: “Li te pale nou byen klè ke bourik yo gen tan twouve.” Men li pa t pale li afè wayòm ke Samuel te pale a.
1SA 10:17 Apre sa Samuel te konvoke pèp la ansanm vè SENYÈ a nan Mitspa.
1SA 10:18 Li te di a fis Israël yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te mennen Israël monte soti Égypte. Mwen te delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, e nou te soti de men a tout wayòm ki t ap oprime nou yo.’
1SA 10:19 Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.”
1SA 10:20 Konsa, Samuel te mennen tout tribi Israël yo vin toupre li, e tribi Benjamin an te pran pa tiraj osò.
1SA 10:21 Alò, li te mennen tribi Benjamin an vin toupre pa fanmi li yo, e yo te pran fanmi Matri a. Konsa, Saül, fis a Kish la te vin pran. Men lè yo vin chache li, yo pa t kab twouve l.
1SA 10:22 Pou sa, yo vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?” Pou sa, Bondye te di: “Gade byen, l ap kache kò li kote pwovizyon yo.”
1SA 10:23 Konsa yo te kouri pran li soti la, e lè li te kanpe pami pèp la, li te pi wo pase tout lòt moun nan pèp la soti nan zepòl li.
1SA 10:24 Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.” “Konsa, tout pèp la te rele fò. Yo te di: “Viv Wa a!”
1SA 10:25 Alò, Samuel te pale pèp la règleman a wayòm nan. Li te ekri yo nan liv la, e li te plase li devan SENYÈ a. Konsa, Samuel te voye tout pèp la ale, yo chak nan pwòp kay pa yo.
1SA 10:26 Anplis Saül te ale lakay li Guibea. Epi mesye vanyan yo avèk kè ki te touche pa Bondye te ale avèk li.
1SA 10:27 Men sèten sanzave ki te di: “Kijan mesye sila a kapab delivre nou?” Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans.
1SA 11:1 Alò Nachasch, Amonit la te vin monte pou te fè syèj sou Jabès nan Galaad; epi tout mesye Jabès yo te di a Nachasch: “Fè yon akò avèk nou e nou va sèvi ou.”
1SA 11:2 Men Nachasch, Amonit la, te di yo: “Mwen va fè l avè w sou yon sèl kondisyon; pou mwen kreve zye dwat a nou chak! Konsa mwen va fè li yon repwòch sou tout Israël.”
1SA 11:3 Ansyen nan Jabès yo te di a li: “Bay nou sèt jou, pou nou kapab voye mesaje yo toupatou nan tèritwa Israël la. Alò, si nanpwen moun pou delivre nou, nou va sòti deyò kote ou.”
1SA 11:4 Alò mesaje yo te vini Guibea kote Saül e te pale pawòl sa yo nan zòrèy a pèp la, e tout pèp la te leve vwa yo pou te kriye.
1SA 11:5 Alò gade byen, Saül t ap sòti nan chan an dèyè bèf kabwèt yo. Li te di: “Kisa ki gen avèk pèp la pou y ap kriye la a?” Konsa, yo te pataje avèk li pawòl a mesye Jabès yo.
1SA 11:6 Konsa Lespri Bondye te vini sou Saül avèk gran fòs lè li te tande pawòl sa yo, e li te vin fache anpil.
1SA 11:7 Li te pran yon pè bèf k ap rale chaj, e li te koupe yo an mòso. Li te voye yo toupatou nan tèritwa Israël la nan men mesaje yo. Li te di: “Nenpòt moun ki pa vin parèt apre Saül, e apre Samuel, se konsa l ap rive pou bèf pa li yo.” Konsa, lakrent SENYÈ a te tonbe sou pèp la e yo te sòti tankou yon sèl moun.
1SA 11:8 Li te konte yo nan Bézek e fis Israël yo te twa-san-mil e mesye Juda yo te trant-mil.
1SA 11:9 Yo te di a mesaje ki te vini yo: “Konsa nou va pale a mesye a Jabès-Galaad la: ‘Demen, soti nan lè solèy la fè cho, ou va genyen delivrans ou.’” Konsa mesaje yo te ale pale mesye Jabès yo; epi yo te kontan.
1SA 11:10 Alò, mesye a Jabès yo te di: “Demen nou va parèt vè nou e nou va kapab fè avèk nou sa ki sanble bon pou nou menm.”
1SA 11:11 Nan pwochen maten an, Saül te divize pèp la an twa konpayi. Epi yo te vin antre nan mitan kan an nan lè maten pou te frape Amonit yo jiskaske chalè joune a te vin rive. Sila ki te siviv yo te gaye jiskaske pa t gen de nan yo ki te rete ansanm.
1SA 11:12 Alò, pèp la te di a Samuel: “Se kilès ki te di nou: ‘Èske Saül va renye sou nou?’ Mennen mesye yo pou nou kab mete yo a lanmò.”
1SA 11:13 Men Saül te di: “Nanpwen yon moun k ap mete a lanmò nan jou sa a; paske jodi a, SENYÈ a te acheve delivrans Israël la.”
1SA 11:14 Alò, Samuel te di a pèp la: “Vini, annou ale Guilgal pou renouvle wayòm nan la.”
1SA 11:15 Epi tout moun te monte Guilgal e la, yo te fè Saül Wa devan SENYÈ a nan Guilgal. La osi, yo te ofri sakrifis lapè devan SENYÈ a. Epi la Saül avèk tout mesye Israël yo te rejwi anpil.
1SA 12:1 Samuel te di a tout Israël: “Gade byen, mwen te koute vwa nou nan tout sa ke nou te di m yo e mwen te chwazi yon wa sou nou.
1SA 12:2 Alò, men wa a k ap mache devan nou. Men mwen fin granmoun, cheve m blanch e gade byen fis mwen yo avèk nou. Mwen te mache devan nou soti nan jenès mwen jis rive jodi a.
1SA 12:3 Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”
1SA 12:4 Yo te di: “Ou pa janm te twonpe nou, ni oprime nou ni pran anyen nan men a pèsòn.”
1SA 12:5 Li te di yo: “SENYÈ a se temwen kont nou e onksyone pa Li yo se temwen nan jou sa a ke nou pa t twouve anyen nan men m nan.” Epi yo te di: “Li se temwen.”
1SA 12:6 Epi Samuel te di a pèp la: “Li se SENYÈ a ki te chwazi Moïse avèk Aaron, e ki te mennen zansèt nou yo monte soti nan peyi Égypte la.
1SA 12:7 Alò koulye a, kanpe pou m kab plede avèk nou devan SENYÈ a konsènan tout zèv ladwati ke SENYÈ a te fè pou nou avèk zansèt pa nou yo.
1SA 12:8 “Lè Jacob te antre an Égypte, zansèt nou yo te kriye fò a SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te voye Moïse avèk Aaron ki te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e Li te fè yo vin rete nan plas sa a.
1SA 12:9 Men yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a, e pou sa, Li te vann yo nan men Sisera, kapitèn a lame Hatsor a, nan men a Filisten yo, nan men wa Moab la, e yo te goumen kont yo.
1SA 12:10 Yo te kriye fò a SENYÈ a e yo te di: ‘Nou te peche akoz nou te kite SENYÈ a pou te sèvi Baal yo avèk Astarté; men koulye a, delivre nou nan men a lènmi nou yo e nou va sèvi Ou.’
1SA 12:11 Alò apre, SENYÈ a te voye Jerubbaal avèk Bedan, Jephthé ak Samuel pou te delivre nou nan men a lènmi nou yo toupatou, pou nou viv ansekirite.
1SA 12:12 “Lè nou te wè ke Nachasch, wa a fis Ammon yo, te vini kont nou, nou te di m: ‘Non, men se yon wa k ap renye sou nou’, malgre sa, SENYÈ Bondye nou an te wa nou.
1SA 12:13 Alò pou sa, men wa ke nou te mande a. Epi gade byen, SENYÈ a te mete yon wa sou nou.
1SA 12:14 Si nou va gen lakrent SENYÈ a, sèvi Li, koute vwa Li, e pa fè rebèl kont lòd SENYÈ a; alò, ni nou, ni wa ki renye sou nou an va swiv SENYÈ Bondye nou an.
1SA 12:15 Si nou pa koute vwa SENYÈ a, men fè rebèl kont lòd SENYÈ a, alò men a SENYÈ a va kont nou, jan li te ye kont zansèt nou yo.
1SA 12:16 “Menm koulye a, kanpe la pou nou wè gwo bagay sa a ke SENYÈ a va fè devan zye nou.
1SA 12:17 Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.”
1SA 12:18 Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.
1SA 12:19 Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.”
1SA 12:20 Samuel te di a pèp la: “Pa pè Nou te fè tout mechanste sa a. Men pa vire akote pou pa swiv SENYÈ a, men sèvi SENYÈ a avèk tout kè nou.
1SA 12:21 Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè.
1SA 12:22 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm.
1SA 12:23 Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la.
1SA 12:24 Sèlman, gen lakrent Bondye e sèvi Li anverite, avèk tout kè nou. Paske kalkile ki kalite gwo zafè Li te fè pou nou.
1SA 12:25 Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an va peri.”
1SA 13:1 Saül te gen trant ane lè l te kòmanse renye, e li te renye pandan karann-de ane sou Israël.
1SA 13:2 Alò, Saül te chwazi pou li menm twa mil mesye an Israël. Pami sila yo, de-mil te avèk Saül nan Micmasch ak nan peyi ti mòn Béthel la, pandan mil te avèk Jonathan nan Guibea pou Benjamin an. Men li te voye ale tout lòt moun yo, yo chak nan pwòp tant pa yo.
1SA 13:3 Jonathan te frape pòs militè a Filisten ki te nan Guéba yo e Filisten yo te tande Koze sa a. Alò, Saül te soufle twonpèt la atravè tout peyi a, e li te di: “Kite Ebre yo tande.”
1SA 13:4 Tout Israël te tande nouvèl ke Saül te frape pòs a Filisten yo, e osi ke Israël te vin rayisab a Filisten yo. Konsa pèp la te resevwa lòd pou rasanble Guilgal.
1SA 13:5 Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven.
1SA 13:6 Lè mesye Israël yo te vin wè ke yo te kwense (paske moun yo te vini sou yo anpil); alò, pèp la te kache kò yo nan gwòt yo, nan raje a, nan falèz yo, nan chanm anba tè yo ak nan sitèn yo.
1SA 13:7 Anplis, kèk nan Ebre yo te travèse Jourdain an pou antre nan peyi Gad avèk Galaad. Men pou Saül, li te toujou Guilgal, e tout pèp la te swiv li avèk kò yo tou ap tranble.
1SA 13:8 Alò li te tann pandan sèt jou, selon tan fikse pa Samuel la; men Samuel pa t vini Guilgal, e pèp la t ap gaye kite li.
1SA 13:9 Konsa, Saül te di: “Mennen ban mwen ofrann brile avèk ofrann lapè.” Epi li te ofri ofrann brile yo.
1SA 13:10 Lè li te fin ofri ofrann brile yo, men vwala, Samuel te vini. Epi Saül te parèt deyò pou rankontre li e salye li.
1SA 13:11 Men Samuel te di: “Kisa ou te fè?” Epi Saül te di: “Akoz mwen te wè ke pèp la t ap gaye kite m, ke ou pa t vini nan jou apwente a, e ke Filisten yo t ap rasanble nan Micmasch,
1SA 13:12 pou sa, mwen te di: ‘Alò Filisten yo va vin desann kont mwen Guilgal, epi mwen poko mande favè SENYÈ a.’ Pou sa, mwen te fòse mwen menm pou te ofri ofrann brile yo.”
1SA 13:13 Samuel te di a Saül: “Ou te aji nan foli. Ou pa t kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande ou a. Paske SENYÈ a t ap vin etabli wayòm ou a sou Israël jis pou tout tan.
1SA 13:14 Men koulye a, wayòm ou an p ap dire. SENYÈ a te chache pou kont Li yon nonm selon pwòp kè li e SENYÈ a te chwazi li kòm chèf sou pèp Li a, akoz ou pa t kenbe sa ke SENYÈ a te kòmande ou a.”
1SA 13:15 Epi Samuel te leve monte soti Guilgal pou rive Guibea nan Benjamin. Saül te konte moun ki te prezan avè l yo, yo te anviwon sis-san mesye.
1SA 13:16 Alò Saül avèk fis li a, Jonathan avèk moun ki te prezan avèk yo te rete Guéba nan Benjamin pandan Filisten yo te fè kan Micmasch.
1SA 13:17 Epi ravajè yo te sòti nan kan Filisten yo an twa konpayi yo. Yon konpayi te vire nan sid vè Ophra vè peyi Schual.
1SA 13:18 Yon lòt konpayi te vire vè Beth-Horon, e yon lòt konpayi te vire vè lizyè ki kouri anwo vale a nan Tseboïm vè dezè a.
1SA 13:19 Alò, nanpwen bòs fòjewon ki ta kab twouve nan tout peyi Israël la, paske Filisten yo te di: “Otreman Ebre yo va fè nepe yo oswa frenn yo.”
1SA 13:20 Konsa, tout Israël te desann vè Filisten yo, yo chak pou file pwòp cha li, pikwa li, rach li, ak wou li.
1SA 13:21 Frè sèvis la te de tyè sik pou lam cha a, pou pikwa a, fochèt la, rach la e pou ranje wou yo.
1SA 13:22 Konsa sa te rive ke nan jou batay la ke ni nepe, ni fwenn pa t twouve nan men a okenn nan moun ki te avèk Saül ak Jonathan yo. Men yo te twouve sèlman nan men Saül ak Jonathan.
1SA 13:23 Epi ekip pòs militè a Filisten yo te sòti rive nan pasaj Micmasch.
1SA 14:1 Alò jou a te rive ke Jonathan, fis a Saül la, te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini, annou travèse vè anplasman pòs militè Filisten ki sou kote lòtbò a.” Men li pa t pale sa a papa l.
1SA 14:2 Saül te rete nan zòn andeyò Guibea anba pye grenad la nan Migron. Epi moun ki te avèk li yo te anviwon sis-san mesye.
1SA 14:3 Achija, fis a Achithub la, frè I-Kabod, fis a Phinées a, fis a Éli, sakrifikatè SENYÈ a nan Silo, te abiye avèk yon efòd. Epi pèp la pa t konnen ke Jonathan te ale.
1SA 14:4 Antre pasaj kote Jonathan te chache travèse pou rive nan anplasman pòs militè Filisten yo, te gen yon kote dan wòch byen file sou yon bò ak yon dan wòch byen file sou lòtbò a. Youn te rele Botsets e lòt la te rele Séné.
1SA 14:5 Youn nan dan wòch yo te leve nan kote nò anfas Micmasch e lòt la nan sid anfas Guéba.
1SA 14:6 Alò Jonathan te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini pou nou travèse lòtbò vè anplasman militè a ensikonsi sila yo. Petèt, SENYÈ a va aji pou nou. Paske SENYÈ a pa anpeche delivre, menm si se anpil, menm si se kèk grenn.”
1SA 14:7 Sila ki pote zam li yo te di: “Fè tout sa ki nan kè ou; vire ou menm e mwen la avèk ou selon volonte ou.”
1SA 14:8 Jonathan te di: “Gade byen, nou va travèse lòtbò vè mesye yo pou vin parèt a yo menm.
1SA 14:9 Si yo di nou: ‘Tann jiskaske nou rive bò kote nou’, alò, nou va kanpe nan plas nou e pa monte kote yo.
1SA 14:10 Men si yo di: ‘Vin monte kote nou’, alò nou va monte. Paske SENYÈ a te mete yo nan men nou; epi sa va sinyal pou nou.”
1SA 14:11 Lè yo toude te parèt nan anplasman militè Filisten yo, Filisten yo te di: “Gade byen, Ebre yo vin sòti nan tou a kote yo te kache kò yo.”
1SA 14:12 Epi mesye nan anplasman yo te rele Jonathan avèk gason ki pote zam li yo. Yo te di: “Monte kote nou pou nou di ou yon bagay.” Epi Jonathan te di a gason zam li yo: “Vin monte dèyè m, paskeSENYÈ a fin mete yo nan men Israël.”
1SA 14:13 Alò, Jonathan te rale monte ak men l ak pye li, avèk gason zam yo dèyè li. Konsa, yo te tonbe devan Jonathan e gason zam yo te touye kèk apre li.
1SA 14:14 Premye masak sa ke Jonathan avèk gason zam yo te fè te anviwon ven òm soti nan mwatye distans ke yon cha ta fè lè l ap raboure fè yon pase nan yon tyè kawo tè.
1SA 14:15 Epi nan kan an yo t ap tranble, anplis nan chan an, e pami tout pèp la. Menm gason anplasman militè yo te tranble. Ekip ravajè yo te tranble e latè te vin tranble jiskaske li te tranble anpil.
1SA 14:16 Gad Saül yo nan Guibea nan Benjamin te wè ke gran kantite fòs sòlda yo te kòmsi yo t ap fonn; epi yo te gaye pasi pala.
1SA 14:17 Saül te di a moun ki te avèk li yo: “Kontwole soti koulye a pou wè kilès ki kite nou.” Epi lè yo fin fè kontwòl, gade byen, Jonathan avèk gason potè zam li yo pa t la.
1SA 14:18 Alò, Saül te di a Achija: “Mennen lach Bondye a isit la.” Paske lach Bondye a te nan tan sa a avèk fis Israël yo.
1SA 14:19 Pandan Saül te pale avèk prèt la, zen nan kan Filisten yo te kontinye e te vin ogmante. Donk, Saül te di prèt la: “Retire men w!”
1SA 14:20 Epi Saül avèk tout pèp ki te avèk li a te rasanble pou te rive kote batay la. Epi vwala, zam a chak moun te vire kont moun parèy pa yo. Te vin gen yon trè gran konfizyon.
1SA 14:21 Alò, Ebre ki te avèk Filisten avan yo, ki te monte avèk yo toupatou nan kan an, menm yo menm te vire pou alinye avèk Izrayelit ki te avèk Saül ak Jonathan yo.
1SA 14:22 Lè tout mesye Israël yo ki te kache kò yo nan peyi ti mòn Ephraïm yo te tande ke Filisten yo te sove ale, menm yo menm anplis, te kouri dèyè yo toupre nan batay la.
1SA 14:23 Konsa SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a e batay la te gaye pi lwen Beth-Aven.
1SA 14:24 Alò mesye Israël yo te byen peze nan jou sa a, paske Saül te mete pèp la anba yon sèman, e te di: “Modi se mesye ki manje manje avan nwit lan, jiskaske mwen fè vanjans sou lènmi mwen yo.” Konsa, pa t gen nan pèp la ki te goute manje.
1SA 14:25 Tout pèp peyi a te antre nan forè a e te gen siwo myèl atè a.
1SA 14:26 Lè pèp la te antre forè a, men vwala, te gen yon flèv siwo myèl. Men pèsòn pa t rale men l rive nan bouch li, paske pèp la te pè sèman an.
1SA 14:27 Men Jonathan pa t ankò tande lè papa l te mete pèp la anba sèman an. Pou sa, li te lonje baton ki te nan men l lan, li te fonse li nan gato myèl la, li te mete men l nan bouch li e zye li te vin limen.
1SA 14:28 Epi youn nan moun yo te di: “Papa ou te mete pèp la anba sèman avèk severite e li te di: ‘Modi se mesye ki manje manje jodi a.’” Epi pèp la te bouke.
1SA 14:29 Alò, Jonathan te di: “Papa m te twouble peyi a! Gade, koulye a kijan zye m vin limen akoz mwen te goute yon ti kras nan siwo sa a.
1SA 14:30 Konbyen anplis, si sèlman pèp la te manje avèk libète jodi a nan piyaj lènmi ke yo te twouve a! Paske koulye a masak pami Filisten yo pa gwo.”
1SA 14:31 Yo te frape pami Filisten yo nan jou sa a soti Micmasch pou jis rive Ajalon. Epi pèp la te vin byen bouke.
1SA 14:32 Pèp la te kouri avèk gwo anvi sou piyaj la. Yo te pran mouton yo avèk gwo bèf ak ti bèf yo, yo te touye yo atè a, e yo te manje yo avèk san an.
1SA 14:33 Alò, yo te pale Saül e te di: “Gade byen, pèp la ap peche kont SENYÈ a pandan yo manje avèk san an.” Epi li te di: “Nou te aji kòm trèt; woule yon gwo wòch kote mwen jodi a.”
1SA 14:34 Saül te di: “Gaye nou menm pami pèp la e di yo: ‘Nou chak mennen bèf nou ban mwen, oswa mouton nou e touye li isit la pou manje. Pa fè peche kont SENYÈ a avèk afè manje san an.’” Konsa, tout pèp la nan nwit lan, yo chak te mennen bèf yo e te kòche li la.
1SA 14:35 Epi Saül tebati yon lotèl a SENYÈ a; se te premye lotèl ke li te bati a SENYÈ a.
1SA 14:36 Epi Saül te di: “Annou desann dèyè Filisten yo lannwit lan, pran piyaj pami yo jis li fè klè nan maten e annou pa kite youn nan mesye yo vivan.” Epi yo te di: “Fè nenpòt sa ki sanble bon pou ou menm.” Konsa, prèt la te di: “Annou apwoche de Bondye isit la.”
1SA 14:37 Saül te fè demand a Bondye: “Èske mwen dwe desann dèyè Filisten yo? Èske Ou va ba yo nan men Israël?” Men Li pa t reponn li nan jou sa a
1SA 14:38 Saül te di: “Apwoche isit la, tout chèf a tout pèp la pou fè ankèt pou aprann kijan peche sa a te vin fèt jodi a.
1SA 14:39 Paske jan SENYÈ a ki delivre Israël la viv la, malgre ke si se fis mwen, Jonathan, li va anverite mouri.” Men yon moun nan tout pèp la pa t reponn li.
1SA 14:40 Alò, li te di a tout Israël: “Nou va sou yon kote e mwen menm avèk Jonathan va nan lòt kote a.” Epi pèp la te di a Saül: “Fè sa ki sanble bon a ou menm.”
1SA 14:41 Pou sa, Saül te di a SENYÈ a, Bondye a Israël la: “Fè yon tiraj osò konplè.” Epi Jonathan avèk Saül te pran; men pèp la te delivre.
1SA 14:42 Saül te di: “Tiraj osò a antre mwen menm avèk Jonathan, fis mwen an.” Epi se Jonathan ki pran.
1SA 14:43 Alò Saül te di a Jonathan: “Di mwen kisa ou te fè a.” Konsa, Jonathan te rakonte li e te di: “Mwen, anverite, te goute yon ti kras siwo myèl avèk pwent baton ki te nan men m nan. Men mwen, fòk mwen mouri!”
1SA 14:44 Saül te di: “Ke Bondye fè sa e menm plis; paske vrèman, Jonathan, ou oblije mouri.”
1SA 14:45 Men pèp la te di a Saül: “Èske fòk Jonathan ta mouri, ki te fè reyisi gran delivrans sa a an Israël? Lwen de sa! Kòm SENYÈ a viv la, pa menm yon cheve nan tèt li p ap tonbe atè; paske li te fè travay Bondye nan jou sa a.” Konsa, pèp la te sove Jonathan pou li pa t mouri.
1SA 14:46 Alò, Saül te monte kite afè kouri dèyè Filisten yo, e Filisten yo te ale kote plas pa yo a.
1SA 14:47 Alò, lè Saül te pran plas chèf sou wayòm Israël la. Li te goumen kont tout lènmi li yo tout kote; kont Moab, fis a Ammon yo, Édom, wa a Zobah yo ak Filisten yo. Nenpòt kote li te vire li te pini yo.
1SA 14:48 Li te aji avèk kouraj; li te bat Amalekit yo, e li te delivre Israël soti nan men a sila ki te piyaje yo.
1SA 14:49 Alò, fis a Saül yo te Jonathan, Jischiv avèk Malkischua. Epi non a de fi yo se te konsa; non a premye ne a, Mérab e non a pi piti a, Mical.
1SA 14:50 Non a madanm a Saül se te Achinoam fi a Achimaats la. Epi non a kapitèn lame a se te Abner, fis a Ner a, tonton a Saül.
1SA 14:51 Kish se te papa a Saül ak Ner. Papa a Abner te fis a Abiel.
1SA 14:52 Alò, lagè kont Filisten yo te di anpil pandan tout jou a Saül yo. Epi lè Saül te wè nenpòt gason pwisan oswa vanyan, li te fè l vin atache nan sèvis pa l la.
1SA 15:1 Alò, Samuel te di a Saül: “SENYÈ a te voye mwen pou onksyone ou wa sou pèp Li a, sou Israël. Pou sa, koute pawòl a SENYÈ a.
1SA 15:2 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Mwen va pini Amalek pou sa li te fè Israël la, jan li te opoze li nan chemen an pandan li t ap vini sòti an Égypte la.
1SA 15:3 Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa fè li gras, men mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik.’”
1SA 15:4 Epi Saül te pase lòd rasanble pèp la e te konte yo nan Thelaïm, de-san-mil sòlda apye yo, di-mil mesye Juda yo.
1SA 15:5 Saül te rive kote vil Amalek yo, e li te òganize yon anbiskad nan vale a.
1SA 15:6 Saül te di a Kenyen yo: “Ale, sòti kite Amalekit yo pou m pa detwi nou ansanm avèk yo; paske nou te montre favè nou anvè tout fis Israël yo lè yo te monte soti an Égypte.” Konsa, Kenyen yo te sòti nan mitan Amalekit yo.
1SA 15:7 Konsa, Saül te bat Amalekit yo soti nan Havila pou rive Schur, ki te bò lès a Égypte la.
1SA 15:8 Li te kaptire vivan Agag, wa a Amalekit yo e te detwi nèt tout pèp la avèk lam nepe.
1SA 15:9 Men Saül avèk pèp la te lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt.
1SA 15:10 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Samuel e te di:
1SA 15:11 “Mwen regrèt ke M te fè Saül wa, paske li te vire fè bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo.” Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye fò a SENYÈ a pandan tout nwit lan.
1SA 15:12 Samuel te leve granmmaten pou rankontre Saül. Yo te pale a Samuel, e te di: “Saül te vini nan Carmel e vwala, li te fè monte yon moniman pou tèt li, e li te vire kontinye desann vè Guilgal.”
1SA 15:13 Samuel te vini kote Saül, e Saül te di li: “Beni se ou menm pa SENYÈ a! Mwen te akonpli lòd SENYÈ a.”
1SA 15:14 Men Samuel te di li: “Men ki mouton ke m tande k ap blete nan zòrèy mwen la a e ki rèl a bèf ke m tande la a?”
1SA 15:15 Saül te di: “Yo te mennen yo soti nan Amalekit yo, paske pèp la te kite pi bèl nan mouton avèk bèf yo pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye pa w la. Men tout rès nou te genyen an nou te detwi l nèt.”
1SA 15:16 Alò, Samuel te di: “Tann e kite mwen menm di ou sa ke SENYÈ a te di mwen yèswa.” Epi li te di li: “Pale”!
1SA 15:17 Samuel te di: “Èske se pa vre, ke malgre ou te piti nan pwòp zye pa ou, ke ou te devni gran chèf a tribi Israël yo?
1SA 15:18 Epi ke SENYÈ a te voye ou fè yon misyon e te di: ‘Ale detwi pechè yo nèt; Amalekit yo, e batay kont yo jiskaske yo fin disparèt.’
1SA 15:19 Pou sa, poukisa ou pa t obeyi vwa SENYÈ a; men ou te kouri sou piyaj la, e te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a?”
1SA 15:20 Alò Saül te di a Samuel: “Mwen te obeyi vwa SENYÈ a e te fè misyon nan sila SENYÈ a te voye mwen an e te mennen retounen Agag, wa Amalek la, e mwen te detwi nèt tout Amalekit yo.
1SA 15:21 Men pèp la te pran nan piyaj mouton avèk bèf yo, pi bèl nan sa ki te anba ve pou destriksyon an, pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye ou a nan Guilgal.”
1SA 15:22 Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo.
1SA 15:23 Paske rebelyon se tankou peche divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”
1SA 15:24 Alò, Saül te di a Samuel: “Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo.
1SA 15:25 Alò, pou sa, souple, padone peche mwen e retounen avè m pou m kapab adore SENYÈ a.”
1SA 15:26 Men Samuel te di a Saül: “Mwen p ap retounen avè w; paske ou te rejte pawòl a SENYÈ a e SENYÈ a te gentan rejte ou kòm wa sou Israël.”
1SA 15:27 Lè Samuel te vire pou l sòti, Saül te sezi bò manto li, e li te vin chire.
1SA 15:28 Epi Samuel te di li: “SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou.
1SA 15:29 Anplis, Glwa Israël La p ap manti, ni chanje tèt Li. Paske Li pa yon nonm pou Li ta chanje tèt Li.”
1SA 15:30 Alò li te di: “Mwen te peche; souple, onore mwen koulye a devan ansyen a pèp mwen yo ak devan Israël e retounen avè m, pou m kapab adore SENYÈ a, Bondye ou a.”
1SA 15:31 Konsa, Samuel te swiv Saül retounen e Saül te adore SENYÈ a.
1SA 15:32 Alò, Samuel te di: “Mennen ban m Agag, wa Amalekit yo.” Epi Agag te vin kote li avèk kè kontan. Akoz Agag t ap di: “Asireman gou anmè lanmò a gen tan pase.”
1SA 15:33 Men Samuel te di: “Menm jan ke nepe ou te fè fanm yo vin manke pitit; konsa, manman ou va vin manke pitit pami fanm yo.” Epi Samuel te koupe Agag an mòso devan SENYÈ a nan Guilgal.
1SA 15:34 Samuel te ale Rama; men Saül te monte vè lakay li nan Guibea ki pou li.
1SA 15:35 Samuel pa t wè Saül ankò jis jou li te mouri an. Paske Samuel te gen anpil tristès akoz Saül. Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè Saül wa sou Israël.
1SA 16:1 Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”
1SA 16:2 Men Samuel te di: “Kijan mwen kapab ale? Lè Saül tande koze sa a, li va touye mwen.” Epi SENYÈ a te di: “Pran yon gazèl avèk ou e di: ‘Mwen vin fè sakrifis bay SENYÈ a.’
1SA 16:3 Ou va envite Jesse pou vini nan sakrifis la. Mwen va montre ou kisa pou ou fè, e ou va onksyone pou Mwen, sila ke M montre ou a.”
1SA 16:4 Konsa, Samuel te fè sa ke SENYÈ a te di a, e li te vini Bethléhem. Epi ansyen lavil yo te vin rankontre li tou. Ak tranbleman yo pwoche l e te di: “Èske nou vini nan lapè?”
1SA 16:5 Li te di: “Nan lapè; mwen te vin fè sakrifis bay SENYÈ a. Pou sa, konsakre nou e vin avè m nan sakrifis la.” Anplis, li te konsakre Jesse avèk fis li yo, e li te envite yo nan sakrifis la.
1SA 16:6 Lè yo te antre, li te gade Eliab e li te panse: “Vrèman onksyone SENYÈ a devan m nan.”
1SA 16:7 Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”
1SA 16:8 Epi Jesse te rele Abinadab pou te fè l pase devan Samuel. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.”
1SA 16:9 Pwochènman, Jesse te fè Schamma vin pase. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.”
1SA 16:10 Konsa Jesse te fè kat nan fis li yo pase devan Samuel. Men Samuel te di a Jesse: “SENYÈ a pa t chwazi sila yo.”
1SA 16:11 Epi Samuel te di a Jesse: “Èske sa yo se tout pitit ou yo?” Epi li te di: “Rete toujou pi piti a. Gade, li ap okipe mouton yo.” Alò Samuel te di a Jesse: “Voye chache li, paske nou p ap chita jiskaske li vin isit la.”
1SA 16:12 Konsa, li te voye chache li antre. Alò li te wouj avèk zye byen bèl ak aparans ki bèl. Epi SENYÈ a te di: “Leve, onksyone li, paske sa se li menm.”
1SA 16:13 Konsa, Samuel te pran poban lwil la pou te onksyone li nan mitan frè li yo. Epi Lespri SENYÈ a te vini byen fò sou David depi jou sa a, ale nèt. Epi Samuel te leve pou te ale Rama.
1SA 16:14 Alò, Lespri SENYÈ a te vin kite Saül e yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a te teworize li.
1SA 16:15 Sèvitè a Saül yo te di li: “Gade byen, koulye a, yon move lespri ki sòti nan Bondye ap teworize ou.
1SA 16:16 Kite mèt nou an kòmande sèvitè li yo pou chache yon nonm ki fò nan jwe ap. Konsa li va rive lè move lespri ki sòti nan Bondye a vini sou ou, ke li va jwe ap la avèk men l e ou va vin geri.”
1SA 16:17 Pou sa, Saül te di a sèvitè li yo: “Founi pou mwen koulye a yon nonm ki kapab jwe ap e mennen li ban mwen.”
1SA 16:18 Alò, youn nan jennonm sa yo te di: “Gade byen, mwen konn wè yon fis a Jesse, Betleyemit lan, ki se yon mizisyen byen fò, yon mesye pwisan avèk anpil kouraj, yon gèrye, yon moun ki saj nan pawòl, yon bo gason; epi SENYÈ a avè l.”
1SA 16:19 Konsa, Saül te voye mesaje yo vè Jesse e te di: “Voye pou mwen David, fis ou a, ki avèk bann mouton an.”
1SA 16:20 Jesse te pran yon bourik chaje avèk pen ak yon boutèy diven avèk yon jenn kabrit e li te voye yo kote Saül avèk David, fis li a.
1SA 16:21 Epi David te vin kote Saül e li te okipe li. Saül te renmen li anpil, e David te devni pòtè a zam pou li.
1SA 16:22 Saül te voye a Jesse, e te di: “Kite David kanpe koulye a devan mwen, paske li gen tan twouve favè nan zye m.”
1SA 16:23 Epi li te rive ke nenpòt lè move lespri ki sòti nan Bondye a te vin kote Saül, David te pran ap la, e li te jwe avèk men li. Konsa, Saül te renouvle, li te vin sen e move lespri a te vin kite li.
1SA 17:1 Alò, Filisten yo te rasanble lame yo pou batay. Yo te rasanble vè Soco ki pou Juda e yo te fè kan antre Soco avèk Azéka nan Éphés-Dammim.
1SA 17:2 Saül avèk mesye Israël yo te rasanble pou fè kan nan vale Ela a e yo te vin rale yo nan lòd batay la pou rankontre Filisten yo.
1SA 17:3 Filisten yo te kanpe sou ti mòn nan e Izrayelit yo sou lòt kote a, avèk vale a antre yo de.
1SA 17:4 Yon chanpyon yo te rele Goliath ki te sòti nan Gath, te soti nan kan Filisten yo. Wotè li te sis koude plis yon epann (anviwon nèf pye uit pous).
1SA 17:5 Li te mete yon kas an bwonz sou tèt li. Li te abiye avèk pwotèj an kal ki te peze senk-mil sik an bwonz.
1SA 17:6 Anplis, li te genyen pwotèj an bwonz sou janm li avèk yon lans an bwonz ki te pann antre zepòl li.
1SA 17:7 Manch a lans lan te tankou travès nan yon aparèy fè twal. Lans li an te peze sis san sik (anviwon 18 liv) an fè. Potè pwotèj li a osi te mache devan li.
1SA 17:8 Li te kanpe e li te rele fò vè lame alinye Israël la, e li te di yo: “Poukisa nou vin alinye pou batay la? Èske mwen menm se pa yon Filisten e nou menm sèvitè a Saül? Chwazi yon mesye pou kont nou e kite li parèt kote mwen.
1SA 17:9 Si li menm kapab goumen avè m, e touye mwen, alò nou va devni sèvitè pa nou. Men si mwen vin genyen li e touye li, alò, nou va devni sèvitè nou pou sèvi nou.”
1SA 17:10 Ankò, Filisten an te di: “Mwen defye tout ranje lame Israël la nan jou sila a! Ban m yon nonm pou nou kab goumen ansanm!”
1SA 17:11 Lè Saül avèk tout Israël te tande pawòl a Filisten an, yo te sezi e pè anpil.
1SA 17:12 Alò, David te fis a Efratit a Bethléhem nan Juda ki te rele Jesse, ki te genyen uit fis. Epi Jesse te vin granmoun, nan jou Saül yo, byen avanse nan laj pami lèzòm.
1SA 17:13 Twa lòt fis a Jesse yo te swiv Saül nan batay la. Epi non a twa fis li yo ki te ale nan batay la se te Éliab, premye ne a, Abinadab, dezyèm ne a ak Schamma, twazyèm ne a.
1SA 17:14 David se te pi piti a. Alò, twa ki te pi gran yo te swiv Saül.
1SA 17:15 Men David te fè ale retou soti nan Saül pou okipe bann mouton papa li nan Bethléhem.
1SA 17:16 Filisten an te parèt ni nan maten ni nan aswè pandan karant jou e li te fè kanpe li.
1SA 17:17 Alò, Jesse te di a David, fis li a: “Pran koulye a pou frè ou yo yon efa nan sereyal boukannen an, e kouri ale nan kan pa yo a.
1SA 17:18 Mennen ankò dis fwomaj sila yo bay kòmandan a milye pa yo, e tyeke si sa ale byen avèk frè ou yo e retounen avèk nouvèl pa yo.
1SA 17:19 Paske Saül avèk tout lame Israël la nan vale Ela a, nan goumen avèk Filisten yo.”
1SA 17:20 Alò, David te leve bonè nan maten e li te kite bann mouton an avèk yon jeran. Li te pran bagay yo e li te ale jan Jesse te kòmande li a. Epi li te antre nan kote kan an pandan lame a t ap sòti nan lòd batay la e li t ap koute kri gè a.
1SA 17:21 Israël avèk Filisten yo te vin parèt nan chan batay yo, lame kont lame.
1SA 17:22 Alò, David te kite sa l pote sou kont yon jeran, li te kouri vè chan batay la e li te antre pou l ta kapab salye frè li yo.
1SA 17:23 Pandan li t ap pale avèk yo, veye byen, ewo Filisten an ki sòti nan Gat ki te rele Goliath la, t ap monte soti nan lame a Filisten yo. Li te repete menm pawòl sa yo, e David te tande.
1SA 17:24 Lè tout mesye Israël yo te wè nonm nan, yo te kouri kite li e yo te vin pè anpil.
1SA 17:25 Mesye Israël yo te di: “Èske ou te wè nonm sa a ki ap vin monte a? Anverite, li ap vin monte pou jete defi devan Israël. Epi li va rive ke wa a va fè moun ki touye li a rich avèk gran richès. Epi li va ba li fi li, e li va fè lakay papa li lib an Israël.”
1SA 17:26 Epi David te pale a mesye ki te kanpe akote li yo e te di: “Kisa k ap fèt pou moun ki touye Filisten sila a e ki retire wont lan soti sou Israël? Paske se ki moun Filisten ensikonsi sila a ye pou l ta ensilte lame a Bondye vivan an?”
1SA 17:27 Pèp la, selon pawòl sila a, te reponn e te di: “Se konsa li va fèt pou mesye ki touye li a.”
1SA 17:28 Alò, Éliab, pi gran frè li a te tande lè li te pale ak mesye yo. Epi kòlè Éliab te brile kont David. Li te di: “Poukisa ou te desann isit la? Epi avèk kilès ou te kite ti kras grenn mouton ou yo nan dezè a? Mwen konprann ògèy ou ak mechanste ki nan kè ou; paske ou te vin desann pou ou kab wè batay la.”
1SA 17:29 Men David te di: “Kisa mwen te fè koulye a? Se pa sèlman ke m poze yon kesyon?”
1SA 17:30 Epi li te vire kite li e te mande yon lòt menm bagay la. Konsa, pèp la te reponn menm bagay kòm avan an.
1SA 17:31 Lè pawòl David te pale yo, te tande, yo te pale avèk Saül, e li te voye chache li.
1SA 17:32 David te di a Saül: “Pa kite moun pèdi kouraj sou kont a li. Sèvitè ou a va ale batay avèk Filisten sila a.”
1SA 17:33 Epi Saül te di a David: “Ou pa kapab ale kont Filisten sila a. Ou pa plis ke yon jennonm e li menm, li te yon gèrye depi li te jenn.”
1SA 17:34 Men David te di Saül: “Sèvitè ou a t ap okipe mouton papa l. Lè yon lyon, oswa yon lous te vin pran yon jenn mouton nan bann mouton an,
1SA 17:35 mwen te sòti dèyè li, mwen te atake li, mwen te fè l chape soti nan bouch li; epi lè l te leve kont mwen, mwen te sezi li pa bab li e te touye li.
1SA 17:36 Sèvitè ou an gen tan touye ni lyon ni lous. Epi Filisten ensikonsi sila a va tankou youn nan yo, akoz li te meprize lame Bondye vivan an.”
1SA 17:37 Epi David te di: “SENYÈ a ki te delivre mwen soti nan pat lyon ak nan pat lous yo, Li va delivre mwen soti nan men a Filisten sila a.” Konsa, Saül te di a David, “Ale e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
1SA 17:38 Saül te abiye David avèk vètman pa li yo, li te mete yon kas an bwonz sou tèt li, e li te abiye li avèk pwotèj.
1SA 17:39 David te mete nepe a sou tout pwotèj yo, li te eseye mache, paske li potko fè anyen avèk yo. Alò David te di a Saül: “Mwen pa kapab ale avèk sila yo, paske m pa abitye ak yo.” Epi David te retire yo.
1SA 17:40 Li te pran baton li nan men l e li te chwazi pou kont li senk wòch ravin byen poli, e te mete yo nan ti makout bèje ke li te genyen an. Fistibal li te nan men li. Konsa li te pwoche Filisten sa a.
1SA 17:41 Alò, Filisten an te kontinye vin pwoche David avèk potè zam nan devan l.
1SA 17:42 Lè Filisten an te gade wè David, li te meprize li, paske li te sèlman yon jennonm figi wouj, avèk yon bèl aparans.
1SA 17:43 Filisten an te di a David: “Èske mwen se yon chen pou ou ta vin kote mwen avèk bout bwa?” Epi Filisten an te anmède David pa dye pa li yo.
1SA 17:44 Filisten an te di a David osi: “Vin kote mwen e mwen va bay chè ou a a zwazo syèl yo avèk bèt chan yo.”
1SA 17:45 Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a.
1SA 17:46 Nan jou sa a menm, SENYÈ a va livre ou nan menm m. Mwen va frape ou desann, e koupe tèt ou. Epi mwen va bay kadav a lame Filisten yo, nan jou sa a, a zwazo syèl yo, e a bèt sovaj latè a, pou tout latè a kab konnen ke gen yon Bondye an Israël,
1SA 17:47 epi pou tout asanble sila a kapab konnen ke SENYÈ a pa konn delivre pa nepe, ni pa frenn; paske batay la se pou SENYÈ a e Li va livre ou nan men nou.”
1SA 17:48 Epi li te rive ke lè Filisten an te leve vini pou te parèt toupre David, ke David te kouri vit vè chan batay la pou rankontre Filisten an.
1SA 17:49 David te mete men l nan sak li, li te rale ladann yon wòch, li te tire li e li te frape Filisten an sou fwon li. Wòch la te fonse antre nan fwon l, e li te vin tonbe sou figi li atè.
1SA 17:50 Konsa, David te genyen Filisten an avèk yon fistibal ak yon wòch. Li te frape Filisten an e te touye li, men pa t gen nepe nan men David.
1SA 17:51 Alò David te kouri kanpe sou Filisten an e te pran pwòp nepe pa li a, li te rale l soti nan fouwo li, li te touye li e te koupe tèt li avè l. Lè Filisten yo te wè ke ewo pa yo a te mouri, yo te sove ale.
1SA 17:52 Mesye Israël yo avèk Juda yo te leve kriye fò e te kouri dèyè Filisten yo jis rive nan vale a, e jis nan pòtay Ékron. Epi Filisten mouri yo te kouche tout akote chemen an pou rive Schaaraïm, menm jis nan Gat avèk Ékron.
1SA 17:53 Fis Israël yo te retounen soti nan lachas Filisten yo e te piyaje tout kan yo.
1SA 17:54 Alò, David te pran tèt Filisten an e te mennen li Jérusalem, men li te mete zam Goliath yo nan tant lan.
1SA 17:55 Alò, lè Saül te wè David ki t ap sòti kont Filisten an, li te di a Abner, kòmandan lame a: “Abner, se fis a kilès jennonm sa a ye?” Epi Abner te di: “Pa lavi ou, O Wa mwen pa konnen.”
1SA 17:56 Wa a te di: “Mande moun pou konnen fis a kilès jennonm sa a ye.”
1SA 17:57 Pou sa, lè David te retounen fin touye Filisten an, Abner te pran li e te mennen li devan Saül avèk tèt Filisten an nan men li.
1SA 17:58 Saül te di li: “Se fis a kilès ou ye jennonm?” Epi David te reponn li: “Fis a sèvitè ou, Jesse, Betleyemit lan.”
1SA 18:1 Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li.
1SA 18:2 Saül te pran li nèt nan jou sa a e pa t kite li retounen lakay papa l.
1SA 18:3 Epi Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li.
1SA 18:4 Jonathan te retire manto ki te sou li a e te bay David li, ansanm avèk pwotèj li, menm ak nepe li, banza li, avèk sentiwon li.
1SA 18:5 Konsa, David te ale nan nenpòt kote Saül te voye li a, e te byen reyisi. Epi Saül te mete li chèf sou tout mesye lagè yo. Li te fè kè kontan nan zye a tout pèp la, e anplis, nan zye a sèvitè Saül yo.
1SA 18:6 Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik.
1SA 18:7 Fanm yo te chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di: “Saül te touye dè milye pa li menm e David dè di-milye pa li menm.”
1SA 18:8 Alò, Saül te vin byen fache, paske pawòl sa a te fè l pa kontan. Li te di: “Yo te bay David dè di-milye; men a mwen menm, yo te bay dè milye. Alò kisa anplis li kapab genyen, sof ke wayòm nan?”
1SA 18:9 Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè.
1SA 18:10 Nan jou aprè a, yon move lespri ki sòti nan Bondye te vini sou Saül avèk pwisans. Li te fè pwofesi nan mitan kay la. David, kòm abitid li jou an jou, t ap jwe ap la avèk men li. Saul te gen yon lans nan men l.
1SA 18:11 Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa.
1SA 18:12 Alò Saül te pè David, paske SENYÈ a te avèk li; men Li te fin kite Saül.
1SA 18:13 Pou sa Saül te retire David devan prezans li. Li te apwente li kòm kòmandan a yon mil lòm. Konsa li te sòti e antre devan pèp la.
1SA 18:14 David t ap reyisi nan tout chemen li yo, paske SENYÈ a te avèk li.
1SA 18:15 Lè Saül te wè ke li te byen reyisi konsa, li te vin gen gwo perèz li.
1SA 18:16 Men tout Israël avèk Juda te renmen li nèt e li te sòti e antre devan yo.
1SA 18:17 Alò, Saül te di a David: “Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”
1SA 18:18 Men David te di a Saül: “Kilès mwen ye e kisa lavi mwen ye, oswa fanmi a papa m an Israël ye, pou mwen ta devni bofis a wa a?”
1SA 18:19 Konsa, li te vin rive ke nan moman a Mérab, fi a Saül la te dwe bay a David la, li te vin bay a Adriel, Meolayit la, kòm madanm.
1SA 18:20 Alò, Mical, pitit a Saül la, te renmen David. Lè yo te pale sa a Saül, bagay la te agreyab a li menm.
1SA 18:21 Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, “Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”
1SA 18:22 Alò, Saül te kòmande sèvitè li yo: “Pale avèk David an sekrè e di: ‘Gade byen, wa a trè kontan avèk ou e tout sèvitè li yo renmen ou anpil. Alò, pou sa a, vin bofis a wa a.’”
1SA 18:23 Konsa, sèvitè a Saül yo te pale pawòl sa yo a David. Men David te di: “Èske sa se yon ti bagay pou vin bofis a wa a, akoz mwen menm se yon nonm pòv e san pwa?”
1SA 18:24 Sèvitè a Saül yo te bay rapò a a li menm selon pawòl ke David te pale yo.
1SA 18:25 Alò, Saül te di: “Konsa ou va pale David: ‘Wa a pa bezwen okenn kòb kòm dwa maryaj, sof ke yon santèn prepis yo ki sòti nan Filisten yo, pou egzekite vanjans sou lènmi a wa yo.’” Alò, Saül te fè plan pou fè David tonbe pa men a Filisten yo.
1SA 18:26 Lè sèvitè li yo te pale David pawòl sa yo, sa te fè David kontan pou vini bofis a wa a. Avan jou yo te fini,
1SA 18:27 David ak mesye pa li yo te ale. Yo te frape fè desann de-san lòm pami Filisten yo. Alò, David te mennen prepis pa yo, e te bay yo a wa a, pou li ta kapab vin bofis a wa a. Konsa Saül te ba li Mical kòm madanm li.
1SA 18:28 Lè Saül te wè e te konnen ke SENYÈ a te avèk David, e ke Mical, fi a Saül la, te renmen li,
1SA 18:29 li te pè David menm plis. Konsa Saül te lènmi a David ale nèt.
1SA 18:30 Epi kòmandan Filisten yo te sòti pou fè batay. Konsa, li vin rive chak fwa yo sòti, ke David te aji avèk plis sajès ke tout sèvitè a Saül yo. Akoz sa, non li te vin respekte anpil.
1SA 19:1 Alò, Saül te pale Jonathan, fis li a ak tout sèvitè li yo pou mete David a lanmò. Men Jonathan fis a Saül la te fè kè kontan anpil akoz David.
1SA 19:2 Pou sa, Jonathan te pale David. Li te di: “Papa m vle mete ou a lanmò. Pou sa, souple, veye anpil nan maten an. Ale nan kote kache a, e rete la.
1SA 19:3 Mwen va sòti e kanpe akote papa m nan chan kote ou ye a. Mwen va pale avèk papa m selon ou menm. Epi si mwen vin konprann yon bagay, alò, mwen va di ou.”
1SA 19:4 Konsa, Jonathan te pale ak Saül, papa li, kèk bon pawòl sou David. Li te di li: “Pa kite wa a peche kont sèvitè li, David. Paske li menm pa t peche kont ou; akoz zèv pa li yo, li te ede ou anpil.
1SA 19:5 Paske li te pran vi li nan men l. Li te frape Filisten an, e SENYÈ a te fè rive yon gran delivrans pou tout Israël. Ou te wè e ou te rejwi. Konsa, poukisa ou ta peche kont san inosan an nan mete David a lanmò san koz?”
1SA 19:6 Saül te koute vwa a Jonathan, e Saül te fè ve: “Jan SENYÈ a viv la, li p ap mete a lanmò.”
1SA 19:7 Alò, Jonathan te rele David e li te di li tout pawòl sila yo. Epi Jonathan te mennen David vè Saül, e li te vin nan prezans li kòm oparavan.
1SA 19:8 Lè te gen lagè ankò, David te sòti pou te goumen avèk Filisten yo, e te bat yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo te sove ale devan li.
1SA 19:9 Alò, te genyen yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a sou Saül pandan li te chita lakay li avèk yon frenn nan men li, pandan David t ap jwe ap la avèk men li.
1SA 19:10 Saül te tante frennen David pou kloure li nan mi an avèk frenn nan, men li te chape kite prezans a Saül. Konsa, frenn nan te kloure nan mi an. David te sove ale e te pran flit menm nwit lan.
1SA 19:11 Saül te voye mesaje yo lakay David pou yo ta veye li, avèk entansyon pou mete l a lanmò nan maten an. Men Mical, madanm a David la te avèti li. Li te di: “Si ou pa sove lavi ou aswè a, demen ou va mete a lanmò.”
1SA 19:12 Konsa, Mical te fè David lagedesann nan yon fenèt. Li te sòti deyò e te chape ale.
1SA 19:13 Mical te pran zidòl kay la e li te poze li sou kabann nan. Li te mete yon kouvèti fèt avèk plim kabrit kote tèt li e te kouvri li avèk rad.
1SA 19:14 Lè Saül te voye mesaje yo pran David, li te di: “Li malad.”
1SA 19:15 Alò, Saül te voye mesaje yo wè David, e li te di: “Mennen li monte kote mwen sou kabann li, pou m kab mete l a lanmò.”
1SA 19:16 Lè mesaje yo te antre, gade byen, zidòl kay la te sou kabann nan avèk kouvèti plim kabrit la sou tèt li.
1SA 19:17 Konsa, Saül te di a Mical: “Poukisa ou te twonpe m konsa e kite lènmi mwen an ale jiskaske li vin chape?” Mical te reponn Saül: “Li te di mwen, ‘Kite mwen ale! Poukisa mwen ta bezwen mete ou a lanmò?’”
1SA 19:18 Alò David te sove ale e te chape rive vè Samuel nan Rama. Epi li te di li tout sa ke Saül te fè l. Li menm avèk Samuel te ale rete Najoth.
1SA 19:19 Koze sa a te rive kote Saül ke: “Gade byen, David nan Najoth nan Rama.”
1SA 19:20 Epi Saül te voye mesaje yo pran David. Men lè yo te wè konpayi pwofèt yo ki t ap pwofetize ansanm avèk Samuel, ki te kanpe kòm dirijans sou yo, Lespri Bondye te vini sou mesaje Saül la, epi yo tou te pwofetize.
1SA 19:21 Lè sa te pale a Saül, li te voye lòt mesaje. Epi yo menm tou te vin pwofetize. Alò, Saül te voye mesaje yon twazyèm fwa, e yo anplis te pwofetize.
1SA 19:22 Epi li menm tou te ale Rama pou kont li e te rive jis nan gran pwi ki nan Secu a. Li te pale e te di: “Kote Samuel avèk David?” Epi yon moun te di: “Veye byen, yo nan Najoth nan Rama.”
1SA 19:23 Li te kontinye jis rive nan Najoth nan Rama. Konsa, Lespri Bondye te vini sou li tou jiskaske li t ap pwofetize pandan nan wout la pou rive kote Najoth nan Rama a.
1SA 19:24 Anplis, li te retire rad li, li tou te pwofetize devan Samuel e li te kouche toutouni tout jounen an ak tout nwit lan. Pou sa, yo konn di: “Èske Saül, osi, pami pwofèt yo?”
1SA 20:1 Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”
1SA 20:2 Li te di li: “Lwen de sa, ou p ap mouri. Gade byen, papa m p ap janm fè anyen ni gran ni piti amwenske li avèti m. Konsa pou ki rezon li ta kache bagay sa a de mwen? Se pa vre!”
1SA 20:3 Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”
1SA 20:4 Alò, Jonathan te di a David: “Nenpòt sa ou mande, m ap fè l pou ou.”
1SA 20:5 Konsa, David te di a Jonathan: “Veye byen, demen se nouvèl lin nan. Mwen ta dwe chita a tab pou manje avèk wa a. Men kite mwen ale pou m kache kò m nan chan an jis rive twa jou.
1SA 20:6 Si papa ou vin wè ke m pa la, alò li di: ‘David te mande mwen favè pou l ta kab kouri rive Bethléhem, vil pa li a, akoz se lè sakrifis ane a pou tout fanmi an.’
1SA 20:7 Si li di: ‘Sa bon,’ sèvitè ou a va sove; men si li vin byen fache, konnen ke li te pran desizyon pou l fè mal la.
1SA 20:8 Pou sa, aji avèk bon kè avèk sèvitè ou a; paske ou te mennen sèvitè ou antre nan yon akò a SENYÈ a avèk ou. Men si gen inikite nan mwen, mete m a lanmò ou menm; paske poukisa, si se konsa, ou ta dwe mennen mwen kote papa ou?”
1SA 20:9 Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?”
1SA 20:10 Alò, David te di a Jonathan: “Se kilès ki va di mwen si papa ou bay yon repons ki di?”
1SA 20:11 Jonathan te di a David: “Vini, annou ale nan chan an.” Konsa, toude te sòti nan chan an.
1SA 20:12 Alò, Jonathan te di a David: “SENYÈ Bondye Israël la se temwen! Lè m fin sonde papa m vè lè sa a demen, oswa nan twazyèm jou a, gade byen, si gen bon repons anvè ou menm, èske mwen p ap voye yon mo ba ou pou fè ou konnen sa?
1SA 20:13 Si se volonte a papa m pou fè ou mal, kite SENYÈ a fè menm jan an ak Jonathan e menm plis toujou, si mwen pa fè ou konnen e voye ou ale, pou ou kab sòti ansekirite. Epi ke Bondye kapab avèk ou menm jan ke li te ye avèk papa m nan.
1SA 20:14 Si mwen toujou vivan, èske ou p ap montre mwen tout lanmou a SENYÈ a pou m pa mouri?
1SA 20:15 Ou p ap retire lanmou ou vè lakay mwen pou tout tan, pa menm lè SENYÈ a vin koupe dènye lènmi David la sou fas tè a.”
1SA 20:16 Konsa tou Jonathan te fè yon akò avèk lakay David: “Ke SENYÈ a toujou mande menm devwa sa a nan men a lènmi David yo.”
1SA 20:17 Jonathan te fè David fè ve a ankò akoz ke li te renmen li e akoz li te renmen li tankou li te renmen pwòp vi pa li.
1SA 20:18 Alò, Jonathan te di li: “Demen se nouvèl lin nan e absans ou ap byen klè akoz chèz ou a va vid
1SA 20:19 Lè ou fin rete pandan twa jou, ou va desann vit vini nan plas kote ou te kache nan jou evenman sa yo; epi ou va rete akote wòch Ézel la.
1SA 20:20 Mwen va tire twa flèch akote, kòmsi se yon pratik m ap fè.
1SA 20:21 Epi tande byen, mwen va voye yon ti gason e di l: ‘Ale dèyè flèch yo.’ Si mwen pale byen klè a ti gason an, e di l: ‘Gade byen, flèch yo bò sa a de ou menm, ale chache yo;’ alò, ou va vini, paske gen sekirite pou ou e nanpwen mal, jan SENYÈ a viv la.
1SA 20:22 Men si mwen di ti gason an: ‘Gade byen, flèch yo lwen ou,’ alò ale, paske SENYÈ a te voye ou ale.
1SA 20:23 Epi pou afè akò ke ou menm avèk mwen fin pale a, gade byen, SENYÈ a antre ou menm avèk mwen menm pou tout tan.”
1SA 20:24 Konsa, David te kache nan chan an. Epi lè nouvèl lin nan vin leve, wa a te chita sou tab la pou manje.
1SA 20:25 Wa a te chita nan plas li kòm nòmal, chèz akote mi an. Alò, Jonathan te leve e Abner te chita akote Saül, men plas David la te vid.
1SA 20:26 Malgre Saül pa t di anyen nan jou sa a, paske li te di a li menm: “Se yon malè ki rive e li vin pa pwòp. Asireman, li pa pwòp.”
1SA 20:27 Li te vin rive nan pwochen jou a, dezyèm jou nouvèl lin nan, ke plas David la te vid. Konsa, Saül te di a Jonathan, fis li a: “Poukisa fis a Jesse pa parèt nan repa a, ni yè, ni jodi a?”
1SA 20:28 Alò, Jonathan te reponn Saül: “David te swayezman mande pèmisyon a mwen menm pou ale Bethléhem,
1SA 20:29 paske li te di: ‘Souple kite m ale, akoz fanmi nou gen yon sakrifis nan vil la e frè m yo te mande m parèt. Epi koulye a, si m jwenn favè nan zye ou, souple, kite m fè yon sòti pou m kapab wè frè m yo.’ Pou rezon sa a, li pa t vin parèt sou tab a Wa a.”
1SA 20:30 Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou.
1SA 20:31 Paske depi fis Jesse a rete sou latè, ni ou menm ni wayòm ou a p ap etabli. Alò, pou sa, voye mennen li kote mwen, paske fòk li mouri.”
1SA 20:32 Men Jonathan te reponn Saül, papa li: “Poukisa li dwe mouri? Kisa li te fè?”
1SA 20:33 Alò, Saül te voye frenn nan sou Jonathan pou frape fè l tonbe. Epi konsa, Jonathan te konnen ke papa li te pran desizyon pou mete David a lanmò.
1SA 20:34 Epi Jonathan te leve sou tab la byen anraje e li pa t manje nan dezyèm jou nouvèl lin nan, paske kè l te fè l mal akoz papa li te derespekte l konsa.
1SA 20:35 Alò, li te vin rive nan maten ke Jonathan te parèt nan chan an pou randevou avèk David la, e yon ti gason te avè l.
1SA 20:36 Li te di a jennonm nan: “Kouri koulye a pou ale chache flèch ke m prèt pou tire yo.” Pandan jennonm nan t ap kouri, li te tire yon flèch ki te depase li.
1SA 20:37 Lè jennonm nan te rive nan plas flèch ke Jonathan te tire a, Jonathan te rele jennonm nan e te di: “Èske flèch la pa pi lwen ou?”
1SA 20:38 Jonathan te rele jennonm nan: “Pa mize, fè vit, pa fè reta!” Epi jennonm Jonathan an te pran flèch la e te retounen vè mèt li.
1SA 20:39 Men jennonm nan pa t konnen anyen. Sèlman Jonathan avèk David te konprann koze a.
1SA 20:40 Alò, Jonathan te bay zam li yo a jennonm nan e te di li: “Ale pote antre nan vil la.”
1SA 20:41 Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.
1SA 20:42 Jonathan te di a David: “Ale anpè. Jan nou te sèmante youn ak lòt nan non SENYÈ a, e te di: ‘SENYÈ a va antre ou avèk mwen, antre desandan pa w ak desandan pa m jis pou tout tan.’” Epi li te leve sòti pandan Jonathan t ap antre nan vil la.
1SA 21:1 Alò, David te rive Nob, vè Achimélec, prèt la. Achimélec te parèt tou tranble lè l te rankontre David, e li te mande li: “Poukisa se ou sèl e pa gen moun avèk ou?”
1SA 21:2 David te di a Achimélec, prèt la: “Wa a te ban m yon komisyon konsènan yon afè e li te di mwen: ‘Pa kite pèsòn konnen anyen sou afè ke m ap voye ou a. Se sou sila mwen ap pase ba ou lòd la; mwen te dirije mesye yo a yon sèten plas.’
1SA 21:3 Konsa, kisa ou gen nan men ou? Ban m senk mòso pen oswa nenpòt sa ou kab twouve.”
1SA 21:4 Prèt la te reponn David, e te di: “Nanpwen pen òdinè, men gen pen konsakre; si sèlman mesye yo te kenbe tèt yo lwen fanm.”
1SA 21:5 David te reponn prèt la e te di li: “Asireman, fanm yo te kenbe lwen de nou kòm dabitid lè m konn pati. Kò a mesye yo te sen, malgre li te yon vwayaj òdinè. Konbyen anplis jodi a kò yo va sen?”
1SA 21:6 Konsa, prèt la te ba li pen konsakre a, paske pa t gen pen la sof ke pen Prezans ki te retire soti devan SENYÈ a, pou l ta kab ranplase li avèk pen cho menm lè ke li te retire.
1SA 21:7 Alò, youn nan sèvitè a Saül yo te la nan jou sa a, fèmen devan SENYÈ a. Non li se te Doëg, Edomit la, chèf a bèje Saül yo.
1SA 21:8 David te di a Achimélec: “Alò, èske pa gen yon frenn oswa yon nepe ki disponib? Paske mwen pa t mennen ni nepe mwen, ni zam mwen avè m, akoz afè wa a te tèlman ijan.”
1SA 21:9 Alò, prèt la te di: “Nepe Goliath la, Filisten an, ke ou te touye nan vale Ela a. Gade byen, li vlope nan yon twal dèyè efòd la. Si ou vle li, pran l. Paske nanpwen lòt sof ke li menm isit la.” Epi David te di: “Nanpwen lòt tankou li. Ban mwen li.”
1SA 21:10 Alò, David te leve e te sove ale kite Saül nan jou sa a pou te ale vè Akisch, wa a Gath la.
1SA 21:11 Men sèvitè a Akisch yo te di li: “Èske sa se pa David, wa a peyi a? Èske yo pa t konn chante a sila a pandan yo t ap danse, e t ap di: ‘Saül te touye dè milye pa li e David dè di-milye pa li?’”
1SA 21:12 David te swiv pawòl sa yo nan kè l e te pè Akisch, wa Gath la anpil.
1SA 21:13 Konsa, li te kache bon tèt li devan yo e te aji tankou moun fou pandan li te nan men yo. Li te ekri pa aza yon bann mak sou pòtay avèk pòt yo e te kite krache desann sou bab li.
1SA 21:14 Akisch te di a sèvitè li yo: “Gade byen, ou wè mesye a ap aji tankou yon moun fou. Poukisa ou mennen li kote mwen?
1SA 21:15 Èske mwen manke moun fou, pou ou te mennen sila a pou aji tankou moun fou nan prezans mwen? Èske sila a va antre lakay mwen?”
1SA 22:1 Konsa, David te kite la pou te chape rive nan kav Adullam nan. Epi lè frè li yo avèk tout lakay papa li te tande koze sa a, yo te desann bò kote li.
1SA 22:2 Tout sila ki te nan pwoblèm yo, tout moun ki te nan gwo dèt, tout moun ki pa t kontan te vin rasanble kote li, e li te devni chèf sou yo. Alò te gen anviwon kat-san òm avèk li.
1SA 22:3 Epi David te kite la pou ale Mitspé nan Moab. Li te di a wa Moab la: “Souple, kite papa m avèk manman m vin rete avèk ou jiskaske mwen konnen sa ke Bondye va fè pou mwen an.”
1SA 22:4 Epi li te kite yo avèk wa Moab la. Yo te rete avèk li pandan tout tan ke David te nan fò a.
1SA 22:5 Pwofèt la, Gad, te di a David: “Pa rete nan fò a. Sòti ale nan peyi Juda.” Konsa, David te sòti e te ale nan forè a nan Héreth.
1SA 22:6 Alò Saül te tande ke David avèk mesye ki te avèk li yo te vin dekouvri. Konsa, Saül te chita nan Guibea anba pye tamaren an sou ti mòn lan avèk frenn li nan men l e tout sèvitè li yo te kanpe antoure li.
1SA 22:7 Saül te di a sèvitè ki te kanpe antoure li yo: “Tande koulye a, O Benjamit yo! Èske fis a Jesse a, osi bannou tout chan kiltive avèk chan rezen? Èske li va fè nou tout kòmandan a dè milye e kòmandan a dè santèn?
1SA 22:8 Paske nou tout te fè konplo kont mwen jiskaske pèsòn pa t fè m konnen lè fis mwen an te fè yon akò avèk fis a Jesse a. Nanpwen nan nou ki gen regrè pou mwen, ni ki di mwen ke fis mwen an te fòse sèvitè pa m yo kont mwen pou kouche an anbiskad, jan li ye la jodi a.”
1SA 22:9 Alò, Doëg, Edomit lan, ki te kanpe akote sèvitè Saül yo te di: “Mwen te wè fis a Jesse a lè l t ap vini Nob, kote Achimélec, fis a Achithub la.
1SA 22:10 Li te konsilte SENYÈ a pou li, li te ba li pwovizyon e li te bay li nepe Goliath la, Filisten an.”
1SA 22:11 Alò, wa a te voye yon moun pou livre yon lòd prezans obligatwa pou Achimélec, prèt la, fis Achithub la, avèk tout lakay papa li, prèt ki te nan Nob yo. Epi tout te vin parèt devan wa a.
1SA 22:12 Saül te di: “Koute koulye a, fis a Achithub la.” Epi li te reponn: “Men mwen isit la, mèt mwen.”
1SA 22:13 Alò, Saül te di li: “Poukisa ou menm avèk fis a Jesse a te fè konplo kont mwen nan afè ba li pen, avèk yon nepe e konsilte avèk Bondye pou li, pou li kapab leve kont mwen e kache fè anbiskad, jan sa ye la jodi a?”
1SA 22:14 Alò, Achimélec te reponn wa a e te di: “Epi se kilès pami sèvitè ou yo ki fidèl tankou David, bofis menm a wa a, ki se kapitèn gad ou e onore lakay ou?
1SA 22:15 Èske se jodi a ke m fenk kòmanse konsilte Bondye pou li? Lwen de mwen, sa! Pa kite wa a fè okenn move panse sou sèvitè li a, ni okenn moun lakay papa m; paske sèvitè ou a pa konnen anyen nan afè sila a.”
1SA 22:16 Men wa a te di: “Anverite, ou va mouri, Achimélec; ou menm avèk tout lakay papa ou!”
1SA 22:17 Epi wa a te di a gad ki te okipe li yo: “Vire mete prèt SENYÈ a a lanmò, akoz men yo avèk David e akoz yo te konnen ke li te sove ale e yo pa t revele sa a mwen menm.” Men sèvitè a wa yo pa t vle lonje men yo pou atake prèt SENYÈ yo.
1SA 22:18 Alò, wa a te di a Doëg: “Ou menm vire atake prèt yo.” Epi Doëg, Edomit lan, te vire atake prèt yo e te touye katre-ven-senk òm ki te abiye ak efòd len an.
1SA 22:19 Epi li te frape Nob, vil prèt yo avèk lam nepe, ni gason, ni fanm, ni timoun ni bebe, ansanm avèk bèf, bourik ak mouton avèk lam nepe.
1SA 22:20 Men youn nan fis Achimélec yo ki te rele Abiathar te chape sove ale pou twouve David.
1SA 22:21 Abiathar te di David ke Saül te touye prèt SENYÈ yo.
1SA 22:22 Alò, David te di a Abiathar: “Mwen te konnen nan jou sa a, lè Doëg, Edomit lan, te la, ke li t ap byensi pale ak Saül. Mwen te fè rive lanmò a chak moun lakay papa ou yo.
1SA 22:23 Rete avèk mwen. Pa pè. Moun ki vle touye ou a ap eseye touye mwen tou. Ou va ansekirite avèk mwen.”
1SA 23:1 Alò, yo te pale David. Yo te di: “Gade byen, Filisten yo ap goumen kont Keïla. Y ap piyaje grenn jaden sou glasi yo.”
1SA 23:2 Konsa, David te fè demann a SENYÈ a. Li te mande L: “Èske mwen dwe ale atake Filisten sila yo?” Epi SENYÈ a te reponn David: “Ale atake Filisten yo pou delivre Keïla.”
1SA 23:3 Men mesye David yo te di li: “Gade byen, nou nan perèz menm isit la nan Juda. Konbyen anplis, si nou ale Keïla kont chan Filisten yo?”
1SA 23:4 Alò, David te fè demann SENYÈ a yon lòt fwa. Epi SENYÈ a te pale li e te di: “Leve, desann Keïla; paske Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”
1SA 23:5 Konsa, David avèk mesye pa li yo te ale Keïla pou te goumen avèk Filisten yo. Yo te mennen bèt yo sòti e te frape moun avèk yon gwo masak. Konsa David te delivre pèp a Keïla a.
1SA 23:6 Alò, li te vin rive ke lè Abiathar, fis Achimélec la, te sove ale pou rive kote David nan Keïla, li te desann avèk yon efòd nan men l.
1SA 23:7 Lè yo te pale a Saül ke David te vini Keïla, Saül te di: “Bondye te delivre li nan men m. Paske li te fèmen li menm andedan lè l te antre nan yon vil avèk pòtay doub ak fè fòje.”
1SA 23:8 Konsa, Saül te konvoke tout pèp la pou fè lagè, pou desann Keïla pou fè syèj sou David avèk mesye pa li yo.
1SA 23:9 Alò David te konnen ke Saül t ap fè konplo mechanste kont li. Konsa, li te di a Abithar, prèt la: “Mennen efòd la isit la.”
1SA 23:10 Epi David te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, Sèvitè ou tande ke se sèten ke Saül ap chache vini Keïla pou detwi vil la akoz mwen menm.
1SA 23:11 Èske mesye Keïla yo va livre mwen nan men li? Èske Saül va desann tankou sèvitè ou te tande a? O SENYÈ, Bondye Israël la, mwen priye, pale ak sèvitè ou a.” Epi SENYÈ a te di: “Li va desann.”
1SA 23:12 Konsa, David te di: “Èske mesye Keïla yo va livre mwen avèk mesye pa mwen yo nan men Saül?” SENYÈ a te reponn: “Yo va livre ou.”
1SA 23:13 Alò, David avèk mesye pa li yo, anviwon sis-san moun, te leve sòti Keïla, e yo te ale nenpòt kote ke yo ta kab ale. Lè li te pale a Saül ke David te chape Keïla, li te sispann swiv li.
1SA 23:14 David te rete nan dezè a nan fòterès yo e li te rete nan peyi ti mòn dezè Ziph la. Epi Saül te chache li chak jou. Men Bondye pa t livre li nan men li.
1SA 23:15 Alò, David te vin konprann ke Saül te parèt deyò pou chache lavi li pandan David te nan dezè Ziph la nan Horès.
1SA 23:16 Epi Jonathan, Fis a Saül la, te leve ale kote David nan Horès pou te ankouraje li nan Bondye.
1SA 23:17 Konsa, li te di li: “Pa pè, paske men Saül, papa m nan, p ap jwenn ou. Ou va wa sou Israël e mwen va bò kote ou; epi Saül, papa m, konnen sa tou.”
1SA 23:18 Konsa, yo de a te fè yon akò devan SENYÈ a. Epi David te rete Horès pandan Jonathan te ale lakay li a.
1SA 23:19 Epi Zifyen yo te vin monte kote Saül nan Guibea, e te di: “Èske David pa kache pami nou nan fòterès nan Horès yo, sou mòn a Hakila a, ki sou kote sid a Jeschimon an?
1SA 23:20 Alò, koulye a, O wa, desann selon tout volonte nanm ou ta vle fè. Epi poupati pa nou an, nou va livre li nan men a wa a.”
1SA 23:21 Saül te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, paske ou te gen kè sansib anvè mwen.
1SA 23:22 Ale, koulye a, fè byensi e fè ankèt pou wè kote li mete pye li ak sila ki konn wè li la yo; paske yo di m ke li rize anpil.
1SA 23:23 Konsa, gade e aprann tout kote l kache kò l, retounen kote mwen avèk asirans e m ap prale avè w. Epi si li nan peyi a, mwen va chache mete l deyò pami tout milye Juda yo.”
1SA 23:24 Epi yo te leve ale Ziph devan Saül. Alò, David avèk mesye pa li yo te nan dezè Maon, nan Araba akote sid a Jeschimon.
1SA 23:25 Lè Saül avèk mesye pa li yo te ale chache, yo te fè David konnen. Konsa, li te desann kote wòch la pou te rete nan dezè Maon an. Epi lè Saül te tande sa, li te kouri dèyè David nan dezè Maon an.
1SA 23:26 Saül te ale yon bò mòn nan, David avèk mesye pa l sou lòt kote mòn nan. Epi David t ap fè vit pou chape kite Saül, paske Saül avèk mesye pa li yo t ap antoure David avèk mesye pa li yo pou yo ta sezi yo.
1SA 23:27 Men yon mesaje te vin kote Saül, e te di: “Fè vit! Vini! Paske Filisten yo te atake peyi a.”
1SA 23:28 Konsa, Saül te retounen soti nan kouri dèyè David pou te ale rankontre Filisten yo. Pou sa, yo te vin rele plas sa a Wòch Chape a.
1SA 23:29 David te monte soti la a pou te rete nan fòterès En-Guédi yo.
1SA 24:1 Alò, lè Saül te retounen kouri dèyè Filisten yo, yo te pale l e te di: “Gade byen, David nan dezè En-Guédi a.”
1SA 24:2 Alò, Saül te pran twa mil òm, byen chwazi soti nan tout Israël pou te ale chache David avèk mesye pa li yo devan Wòch a Kabrit Mawon yo.
1SA 24:3 Li te rive nan Pak mouton yo nan wout la, kote ki te gen yon kav; epi Saül te antre ladann pou fè poupou. Alò David avèk mesye pa li yo te chita nan pati dèyè kav la.
1SA 24:4 Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la.
1SA 24:5 Li te vin rive apre ke konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la.
1SA 24:6 Epi li te di a mesye pa li yo: “Se lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.”
1SA 24:7 David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li.
1SA 24:8 Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt.
1SA 24:9 David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’?
1SA 24:10 Gade byen, jou sa a zye ou gen tan wè ke SENYÈ a te livre ou nan men m nan kav la. E kèk moun te di m touye ou, men zye m te gen pitye pou ou. Konsa mwen te di: ‘Mwen p ap lonje men m kont mèt mwen an, paske li se yon onksyone a SENYÈ a.’
1SA 24:11 Koulye a, papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m.
1SA 24:12 Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou.
1SA 24:13 Tankou pwovèb a ansyen yo di: ‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou.
1SA 24:14 Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? Yon chen mouri oubyen yon grenn pis?
1SA 24:15 Pou sa, SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.”
1SA 24:16 Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: “Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye.
1SA 24:17 Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w.
1SA 24:18 Ou te deklare jodi a byen ke ou te fè m! Ke SENYÈ a te livre mwen nan men ou, men ou pa t touye mwen.
1SA 24:19 Paske si yon nonm jwenn avèk lènmi li, èske l ap kite li sòti konsa? Pou sa ke Bondye kapab rekonpanse ou pou sa ou te fè m la jodi a.
1SA 24:20 Alò, gade byen, mwen konnen asireman, ke ou va devni wa e ke wayòm Israël la va vin etabli nan men ou.
1SA 24:21 Pou sa, sèmante a mwen menm pa SENYÈ a pou ou pa retire desandan apre mwen yo e pou ou pa detwi non mwen soti lakay papa m.”
1SA 24:22 David te sèmante konsa a Saül, e Saül te ale lakay li. Men David avèk mesye pa li yo te monte nan fò a.
1SA 25:1 Samuel te mouri. Konsa, tout Israël te rasanble ansanm pou te kriye pou li, e yo te antere li kote kay li nan Rama. Konsa, David te leve desann nan dezè Paran an.
1SA 25:2 Te gen yon mesye nan Maon ki te fè komès li nan Carmel. Mesye a te byen rich e li te gen twa-mil mouton avèk twa-mil kabrit. Li t ap taye lenn mouton li nan Carmel.
1SA 25:3 Alò, non mesye a te Nabal e madanm li te rele Abigaïl. Fanm nan te entèlijan e bèl pou wè, men mesye a te di e mechan nan tout afè li yo. Se te yon moun nan ras Caleb.
1SA 25:4 David te tande soti nan dezè a ke Nabal t ap taye lenn mouton li yo.
1SA 25:5 Alò, David te voye dis jennonm kote l. David te di a jennonm sa yo: “Monte Carmel pou vizite Nabal e salye li nan non mwen.
1SA 25:6 Epi konsa ou va pale: ‘Ke lavi ou kapab byen long, lapè avèk ou, lapè avèk lakay ou e lapè sou tout sa ou genyen.
1SA 25:7 Alò, mwen te tande ke ou genyen tay lenn mouton. Alò, bèje ou yo te avèk moun nou yo. Nou pa t ensilte yo, ni yo pa t manke anyen nan tout jou ke yo te pase Carmel yo.
1SA 25:8 Mande jennonm pa ou yo e yo va pale ou. Pou sa, kite jennonm pa m yo jwenn favè nan zye ou. Paske nou vin parèt nan yon jou ke tout moun ap fete. Pou sa, silvouplè, bay nenpòt sa ke nou twouve nan men a sèvitè ou yo, e a fis ou, David.’”
1SA 25:9 Lè jennonm a David yo te parèt, yo te pale ak Nabal selon tout pawòl sa yo nan non David; epi yo te tann.
1SA 25:10 Men Nabal te reponn sèvitè David yo e te di: “Se kilès ki David la? Epi se kilès ki fis a Jesse a? Gen anpil sèvitè nan tan sa yo k ap chape kite mèt yo.
1SA 25:11 Alò, se pou sa ke m ta dwe pran pen mwen avèk dlo mwen ak vyann ke m te fin kòche pou ouvriye pa m yo e bay li a mesye ke m pa menm konnen kote yo sòti yo?”
1SA 25:12 Alò, jennonm a David yo te retounen fè wout yo. Konsa, yo te rive pale David selon tout pawòl sa yo.
1SA 25:13 David te di a mesye pa li yo: “Nou chak mete nepe nou nan senti nou.” Konsa, tout moun te mete nepe yo nan senti yo. David osi te mete nepe li nan senti li e anviwon kat-san òm te monte dèyè David pandan de-san te rete avèk pwovizyon yo.
1SA 25:14 Men youn nan jennonm yo te pale ak Abigaïl, madanm Nabal la. Li te di: “Gade byen, David te voye mesaje yo soti nan dezè a pou salye mèt nou an e li te betize avèk yo.
1SA 25:15 Malgre sa, mesye yo te trete nou byen e nou pa t ensilte, ni nou pa t manke anyen tout tan ke nou te avèk yo a, pandan nou te nan chan yo.
1SA 25:16 Yo te yon mi pwotèj pou nou ni lannwit ni lajounen, toutotan ke nou te avèk yo pou gade mouton yo.
1SA 25:17 Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.”
1SA 25:18 Alò, Abigaïl te kouri pran de-san mòso pen ak de veso diven, avèk senk mouton deja prepare, senk mezi sereyal boukannen avèk san grap rezen, de-san gato fig etranje e te chaje yo sou bourik yo.
1SA 25:19 Li te pale a jennonm pa li yo: “Ale devan m! Gade byen, m ap swiv nou.” Men li pa t pale mari li, Nabal.
1SA 25:20 Li te vin rive ke pandan li te toujou ap monte sou bourik li a e t ap desann nan pati mòn ki kache a, gade byen, David avèk mesye pa li yo t ap desann vin jwenn li. Konsa, li te rankontre yo.
1SA 25:21 Alò, David te di: “Anverite, se an ven ke m t ap veye tout afè ke mesye sa a te genyen nan dezè a, pou l pa manke anyen nan sa ki te pou li yo! Konsa, li te remèt mwen mal pou byen!
1SA 25:22 Ke Bondye fè sa a lènmi a David yo e menm plis si avan maten rive, si m kite menm yon mal pami tout sa ki pou li yo!”
1SA 25:23 Lè Abigaïl te wè David, li te kouri desann bourik li, li te tonbe atè devan David e te koube li menm jis atè.
1SA 25:24 Li te tonbe nan pye li e te di: “Sou mwen sèl, mèt mwen, ke tò sa a vin tonbe. Epi souple, kite sèvant ou an pale avèk ou e koute pawòl a sèvant ou an.
1SA 25:25 Souple, pa kite mèt mwen okipe mesye sanzave sila a, Nabal, paske jan non li ye a, se konsa li ye. Nabal se non li e foli toujou avèk li. Men mwen, sèvant pa ou a, mwen pa t wè jennonm, mèt mwen, ke ou te voye yo.
1SA 25:26 Alò, pou sa, mèt mwen, jan SENYÈ a viv la, akoz SENYÈ a te anpeche ou vèse san e fè vanjans pa w avèk pwòp men ou; alò, kite lènmi ou yo avèk sila ki chache mal kont mèt mwen yo, vin tankou Nabal.
1SA 25:27 Alò, kite kado sila ke sèvant ou pote pou mèt mwen an, bay a jennonm ki akonpanye mèt mwen yo.
1SA 25:28 Souple, padone transgresyon a sèvant ou a. Paske SENYÈ a va vrèman fè pou mèt mwen yon kay k ap dire, akoz mèt mwen ap mennen batay a SENYÈ a, emal p ap twouve bò kote ou pandan tout jou ou yo.
1SA 25:29 Si yon moun ta leve kont ou pou kouri dèyè ou e chache lavi ou, nan lè sa a, lavi ou, mèt mwen va mare nan pakèt ak sila ki viv pou SENYÈ yo, Bondye ou a. Men lavi a lènmi ou yo, Li va lanse deyò tankou wòch k ap sòti nan pòch a yon fistibal.
1SA 25:30 Epi lè SENYÈ a fè pou ou, mèt mwen, selon tout bonte ke Li te pale konsènan ou menm e chwazi ou kòm chèf sou Israël,
1SA 25:31 ke ka sila a p ap koze ni doulè ni kè twouble pou mèt mwen, akoz li te vèse san san koz e ke li te pran vanjans li. Lè SENYÈ a aji byen avèk ou mèt mwen, alò sonje sèvant ou an.”
1SA 25:32 Alò, David te di a Abigaïl: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te voye ou jou sila a pou rankontre avè m!
1SA 25:33 Beni se sajès ou. Beni se ou menm ki te kenbe m jou sa a pou m pa vèse san, e fè vanjans mwen menm avèk pwòp men m.
1SA 25:34 Sepandan, jan SENYÈ a, Bondye Israël la viv la, ki te anpeche mwen fè ou mal, sof ke ou te parèt vit pou rankontre mwen, anverite, pa t ap gen menm yon grenn moun ki rete pou Nabal nan limyè maten an tankou yon ki pou fè pipi sou mi la.”
1SA 25:35 Konsa David te resevwa nan men li sa ke li te pote pou li a. Epi li te di li: “Ale lakay ou anpè. Gade, mwen te koute ou e te bay ou demann pa ou a.”
1SA 25:36 Alò Abigaïl te vin kote Nabal. Epi vwala, li t ap fè yon fèt lakay li a tankou fèt a yon wa. Kè Nabal te kontan anndan li, paske li te byen sou. Pou koz sa a, Abigaïl pa t di l anyen jis rive nan limyè maten.
1SA 25:37 Men nan maten, lè diven an te sòti nan Nabal, madanm li te di li bagay sa yo. Konsa kè l te mouri anndan li jiskaske li te vin tankou yon wòch.
1SA 25:38 Anviwon di jou pita, SENYÈ a te frape Nabal e li te mouri.
1SA 25:39 Lè David te tande ke Nabal te mouri, li te di: “Beni SENYÈ a, ki te plede kòz repwòch mwen nan men Nabal e ki te kenbe sèvitè li a pou l pa fè mal. SENYÈ a anplis, te fè malfezans a Nabal retounen sou pwòp tèt li.” Alò, David te voye ofri Abigaïl pou l ta pran li kòm madanm li.
1SA 25:40 Lè sèvitè a David yo te parèt kote Abigaïl nan Carmel, yo te pale a li e te di: “David te voye nou kote ou pou pran ou kòm madanm li.”
1SA 25:41 Li te leve e te bese jis figi li rive atè, e te di: “Gade byen sèvant pa ou se yon sèvant ki pou ta lave pye a sèvant pa li yo.”
1SA 25:42 Konsa, Abigaïl te leve vit pou te ale monte sou yon bourik, avèk senk sèvant li yo ki te okipe li. Li te swiv mesaje David yo e te devni madanm li.
1SA 25:43 David te anplis pran Achinoam a Jizreel e yo toulède te devni madanm li.
1SA 25:44 Alò, Saül te deja bay fi li, Mical, madanm a David, a Palti, fis a Laïsch ki te sòti Gallim.
1SA 26:1 Zifyen yo te vin kote Saül nan Guibea. Yo te di l: “Èske David pa kache nan ti mòn Hakila a, devan Jeschimon?”
1SA 26:2 Konsa, Saül te leve desann nan dezè Ziph la e te genyen avè l twa-mil òm Israël, byen chwazi pou chache David nan dezè Ziph la.
1SA 26:3 Saül te fè kan nan ti mòn Hakila a, ki devan Jeschimon, akote wout la, e David te rete nan dezè a, lè li te wè ke Saül te vini dèyè li nan dezè a.
1SA 26:4 Konsa, David te voye espyon yo deyò, e li te konnen san dout ke Saül t ap vini.
1SA 26:5 Pou sa, David te leve pou vini nan plas kote Saül te fè kan an. Epi David te wè plas kote Saül te kouche avèk Abner, fis a Ner a, kòmandan lame li a. Saül te kouche nan mitan won kan an e pèp la te fè kan an antoure li.
1SA 26:6 Konsa, David te di a Achimélec, Etyen an ak Abischaï, fis a Tseruja a, frè a Joab, e li te di: “Se kilès k ap desann avè m kote Saül nan kan an?” Abischaï te di: “M ap desann avè w.”
1SA 26:7 Konsa, David avèk Abischaï te pwoche kote pèp la nan lannwit. Epi vwala, Saül te kouche nan dòmi anndan won kan an avèk frenn li kole nan tè kote tèt li. Epi Abner avèk pèp la te kouche antoure li.
1SA 26:8 Alò, Abischaï te di a David: “Jodi a, Bondye gen tan livre lènmi ou an nan men ou. Pou sa, koulye a, kite mwen frape li avèk frenn nan rive jis atè ak yon sèl kou e mwen p ap frape li yon dezyèm fwa.”
1SA 26:9 Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?”
1SA 26:10 Anplis, David te di: “Jan SENYÈ a viv la, asireman, SENYÈ a va frape li, oswa jou li va rive pou li mouri, oswa li va tonbe nan batay e peri.
1SA 26:11 SENYÈ a anpeche ke m ta lonje men m kont onksyone SENYÈ a. Men koulye a, souple, pran frenn ki bò kot tèt li a ak veso dlo a, epi, an ale.”
1SA 26:12 Konsa, David te pran frenn nan avèk veso dlo a soti kote tèt a Saül e yo te pati. Men pèsòn pa t konnen, ni leve, paske yo tout t ap dòmi, akoz yon fon somèy ki sòti nan SENYÈ a te vin tonbe sou yo.
1SA 26:13 Konsa, David te travèse de lòt kote, e te kanpe sou tèt mòn nan a yon distans avèk yon gran espas antre yo.
1SA 26:14 David te rele tout moun yo ak Abner, fis a Ner a. Li te di: “Èske ou p ap reponn, Abner?” Alò, Abner te reponn: “Se kilès ou ye k ap rele wa a?”
1SA 26:15 Konsa, David te di a Abner: “Èske ou pa yon gason? Alò, se kilès ki tankou ou an Israël? Kòmsi, poukisa ou pa t veye mèt ou, wa a? Paske yon moun nan pèp la te vini detwi wa a, mèt ou a.
1SA 26:16 Bagay ke ou te fè a, pa bon! Jan SENYÈ a viv la, fòk ou mouri! Paske ou pa t veye mèt ou, onksyone a SENYÈ a. Konsa, koulye a, gade kote frenn a wa a ye ak veso dlo ki te kote tèt li a.”
1SA 26:17 Saül te rekonèt vwa a David, e te di: “Èske se vwa ou, fis mwen, David?” David te di: “Se vwa m, mèt mwen, wa a.”
1SA 26:18 Anplis li te di: “Alò, poukisa mèt mwen ap kouri dèyè sèvitè li a? Paske kisa mwen te fè? Oswa ki mal ki nan men m?
1SA 26:19 Alò, pou sa, souple kite mèt mwen, wa a, koute pawòl a sèvitè li yo. Si SENYÈ a te boulvèse ou kont mwen, kite Li aksepte yon ofrann. Men si se lèzòm, modi yo ye devan SENYÈ a. Paske yo te chase mwen sòti jodi a pou fè m pa atache ankò a eritaj SENYÈ a. Yo di: ‘Ale sèvi lòt dye yo.’
1SA 26:20 Alò, pou sa, pa kite san mwen tonbe atè lwen prezans SENYÈ a, paske wa Israël la te vin parèt pou chache yon sèl pis, tankou yon moun k ap fè lachas pentad nan mòn yo.”
1SA 26:21 Alò Saül te di: “Mwen te peche. Retounen, fis mwen, David. Paske mwen p ap fè ou mal ankò, akoz lavi mwen te presye nan zye ou nan jou sa a. Gade, mwen te jwe wòl a yon enbesil e mwen te fè yon gwo erè.”
1SA 26:22 David te reponn: “Gade byen, men frenn a wa a! Alò kite youn nan jennonm yo travèse vin pran l.
1SA 26:23 SENYÈ a va rekonpanse chak moun pou ladwati pa li ak fidelite li; paske SENYÈ a te livre ou nan men m jodi a. Mwen te refize lonje men m kont onksyone a SENYÈ a.
1SA 26:24 Gade byen, jan lavi ou te gen gwo valè nan zye m jodi a, konsa ke vi m ta ye nan men SENYÈ a. Ke li ta delivre mwen nan tout twoub.”
1SA 26:25 Epi Saül te di a David: “Beni se ou menm, fis mwen, David. Ou va vin reyisi anpil e ou va vin genyen.” Konsa, David te fè wout li e Saül te retounen nan plas li.
1SA 27:1 Konsa, David te di nan tèt li: “Alò, yon jou mwen va peri nan men Saül. Nanpwen anyen k ap pi bon pou mwen pase pou m chape ale nan peyi Filisten yo. Konsa, Saül va dekouraje nan chache mwen toujou sou tout tèritwa Israël la, e mwen va chape nan men li.”
1SA 27:2 Konsa, David te leve e te travèse, li menm avèk sis-san òm ki te avè l yo, kote Akisch, fis a Maoc la, wa a Gath la.
1SA 27:3 Epi David te viv avèk Akisch nan Gath, li menm avèk mesye pa li yo, chak moun avèk tout moun lakay yo. David te avèk de madanm pa li yo, Achinoam Jizreyelit la ak Abigaïl, Kamelit la, vèv a Nabal la.
1SA 27:4 Alò, sa te pale a Saül ke David te sove ale Gath. Konsa, li pa t chache li ankò.
1SA 27:5 Alò, David te di a Akisch: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye ou, kite yo ban mwen yon plas nan youn nan vil andeyò yo, pou m kapab viv la. Paske poukisa sèvitè ou ta viv nan vil wayal la avèk ou?”
1SA 27:6 Konsa, Akisch te bay li Tsiklag nan jou sa a. Konsa, Tsiklag te devni pou wa Juda yo jis rive jodi a.
1SA 27:7 Nonb de jou ke David te viv nan peyi a Filisten yo se te 1 nan, kat mwa.
1SA 27:8 Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la.
1SA 27:9 David te atake peyi a, e pa t kite yon gason ni yon fanm vivan. Li te pran tout mouton, bèf, bourik, chamo, avèk rad. Apre, li te retounen kote Akisch.
1SA 27:10 Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te atake jodi a?” Epi David te reponn: “Kont Negev la nan Juda e kont Negev a Kenyen yo.”
1SA 27:11 David pa t kite yon mesye ni yon fanm vivan pou mennen yo nan Gath. Li te di: “Otreman, yo va pale afè nou, e di: ‘Se konsa David te fè e se konsa li aji pandan tout tan ke li rete nan peyi Filisten yo.’”
1SA 27:12 Konsa, Akisch te kwè David, Li te di: “Anverite, li vin fè tèt li rayisab pami pèp Israël pa l la. Konsa, li va sèvitè pa m jis pou tout tan.”
1SA 28:1 Alò, li te vin rive nan jou sa yo ke Filisten yo te rasanble kan lame pa yo pou fè lagè, pou goumen kont Israël. Epi Akisch te di a David: “Konnen byensi ke ou va sòti avè m nan kan an, ou menm avèk mesye pa ou yo.”
1SA 28:2 David te di a Akisch: “Se bon, ou va vin konprann sa ke sèvitè ou kapab fè.” Akisch te reponn a David: “Se bon, mwen va fè ou gad pèsonèl mwen pou tout lavi ou.”
1SA 28:3 Nan lè sa a Samuel te fin mouri, tout Israël te deja kriye pou li e te antere l Ramah, pwòp vil pa li. Epi Saül te fin retire nan peyi a tout kalite moun sila ki te konn rele mò yo ak divinò yo.
1SA 28:4 Konsa, Filisten yo te rasanble ansanm e te vin fè kan nan Sunem. Epi Saül te rasanble tout Israël ansanm pou yo te fè kan nan Guilboa.
1SA 28:5 Lè Saül te wè kan Filisten yo, li te pè e kè li te tranble anpil.
1SA 28:6 Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo.
1SA 28:7 Alò, Saül te pale sèvitè li yo: “Chache pou mwen yon fanm ki konn pale ak mò, pou m kab ale kote li pou mande li kèk bagay.” Sèvitè li yo te di li: “Gade byen, gen yon fanm ki konn pale ak mò nan En-Dor.”
1SA 28:8 Alò, Saül te kache idantite li avèk lòt rad e te desann, li menm avèk de lòt mesye avèk li. Yo te vin kote fanm nan pandan nwit lan. Li te di: “Evoke fè monte pou mwen lespri la, souple, e mennen monte non moun sila ke m va nonmen pou ou a.”
1SA 28:9 Men fanm nan te di li: “Gade byen, ou konnen sa ke Saül te fè a, jan li te retire sila ki evoke mò avèk divinò nan peyi a. Alò poukisa w ap mete yon pèlen pou lavi mwen pou ou kab fè m mouri?”
1SA 28:10 Saul te fè ve a li ke: “Jan SENYÈ a viv la, p ap gen pinisyon k ap rive ou pou afè sila a.”
1SA 28:11 Alò, fanm nan te di: “Se kilès ke m ap fè monte pou ou a?” Epi li te di: “Mennen monte Samuel pou mwen.”
1SA 28:12 Lè fanm nan te wè Samuel, li te kriye fò avèk yon gwo vwa; epi fanm nan te pale avèk Saül e te di: “Poukisa ou te twonpe mwen? Paske se Saül ke ou ye.”
1SA 28:13 Wa a te di li: “Pa pè; men se kisa ou wè?” Epi fanm nan te di Saül: “Mwen wè yon èt diven k ap monte sòti sou latè.”
1SA 28:14 Li te di li: “Se ak kilès ke li sanble?” Epi li te di: “Yon granmoun k ap monte e li vlope nan yon manto.” Epi Saül te konnen ke se te Samuel. Li te bese avèk figi li atè pou te rann omaj.
1SA 28:15 Alò, Samuel te di a Saül: “Poukisa ou twouble m e mennen m monte?” Saül te reponn: “Mwen nan gwo pwoblèm anpil; paske Filisten yo ap fè lagè kont mwen, Bondye te kite mwen e Li pa reponn mwen ankò, ni pa pwofèt yo, ni nan rèv. Pou sa, mwen te rele ou, pou ou kapab fè m konnen kisa pou m fè.”
1SA 28:16 Samuel te di: “Poukisa konsa ou vin mande mwen, akoz SENYÈ a te kite ou e te devni lènmi ou?
1SA 28:17 SENYÈ a gen tan fè selon sa Li te pale nan mwen an. SENYÈ a fin chire wayòm nan soti nan men ou, e Li te bay li a vwazen ou an, a David menm.
1SA 28:18 Kòmsi ou pa t obeyi SENYÈ a, e ou pa t fè gwo kòlè Li vin tonbe sou Amalek, konsa SENYÈ a te fè ou bagay sa a nan jou sa a.
1SA 28:19 Anplis SENYÈ a va, osi, bay Israël ansanm avèk ou menm nan men Filisten yo. Konsa, demen ou menm avèk fis ou yo va avèk mwen. Anverite, SENYÈ a va fè bay lame Israël la nan men a Filisten yo!”
1SA 28:20 Alò, Saül, lapoula, te tonbe atè nèt. Li te plen laperèz akoz pawòl a Samuel yo. Ni pa t gen fòs nan li, paske li pa t manje manje nan tout jou sa a, ni nan nwit lan.
1SA 28:21 Fanm nan te rive bò kote Saül. Li te wè ke li te tèlman gen krent jiskaske li te sezi, e li te di li: “Gade byen, sèvant ou te obeyi a ou menm e mwen te pran lavi mwen nan men m pou te koute pawòl ke ou te pale mwen yo.
1SA 28:22 Koulye a, pou sa, souple koute vwa sèvant ou an e kite mwen mete yon mòso pen devan ou. Manje pou ou kapab gen fòs lè ou pran chemen an.”
1SA 28:23 Men li te refize. Li te di: “Mwen p ap manje.” Men sèvitè li yo te ankouraje li e li te koute yo. Konsa, li te leve sou tè a pou te chita sou kabann nan.
1SA 28:24 Fanm nan te gen yon jenn bèf gra nan kay la. Byen vit li te kòche li, li te pran farin, li te frape l fè bòl, e li te kwit li fè pen san ledven.
1SA 28:25 Li te mennen li devan Saül avèk sèvitè li yo e yo te manje. Apre yo te leve sòti menm nwit lan.
1SA 29:1 Alò, Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap fè kan akote sous ki nan Jizreel la.
1SA 29:2 Konsa, mèt Filisten yo t ap avanse pa santèn e pa milye e David avèk mesye pa li yo t ap avanse pa dèyè avèk Akisch.
1SA 29:3 Alò, kòmandan a Filisten yo te di: “Se kisa Ebre sa yo ap fè isit la?” Epi Akisch te di a kòmandan Filisten yo: “Èske sa se pa David, sèvitè a Saül la, wa Israël la, ki te avèk mwen nan jou sa yo, oswa pito di ane sa yo, e mwen pa t twouve okenn fot nan li soti nan jou ke li te sòti a, jis jodi a?”
1SA 29:4 Men kòmandan Filisten yo te fache avèk li. Yo te di li: “Fè nonm nan ale retounen, pou li kapab retounen nan plas li kote yo te ba li ransèyman an. Pa kite li desann nan batay la avèk nou, oswa nan batay la, li kapab devni yon lènmi nou. Paske se kilès ki ta k ap fè nonm sa a vin zanmi ak mèt li a? Èske sa pa tèt a mesye sila yo?
1SA 29:5 Èske sa se pa David, a sila yo te chante nan dans pa yo e di: ‘Saül te touye dè milye e David dè di-milye?’”
1SA 29:6 Alò, Akisch te rele David. Li te di l: “Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo.
1SA 29:7 Alò, pou sa, retounen ale anpè, pou ou pa fè mèt Filisten yo pa kontan.”
1SA 29:8 David te di a Akisch: “Men kisa mwen te fè? Epi kisa ou te twouve nan sèvitè ou a depi nan jou ke m te vini devan ou an jis rive Jodi a, pou m pa kapab ale goumen kont lènmi a mèt mwen an, wa a?”
1SA 29:9 Men Akisch te reponn David: “Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, kòmandan Filisten yo te di: ‘Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.’
1SA 29:10 Alò, pou sa, leve bonè nan maten avèk sèvitè a mèt ou ki te vini avèk ou yo, e lamenm lè ou leve nan maten bonè, pati.”
1SA 29:11 Konsa, David te leve bonè, li avèk mesye pa li yo, pou pati nan maten pou retounen nan peyi a Filisten yo. Epi Filisten yo te monte Jizreel.
1SA 30:1 Alò, li vin rive lè David avèk mesye pa li yo te vini Tsiklag nan twazyèm jou a, ke Amalekit yo te fè yon atak sou Negev ak sou Tsiklag pou te detwi Tsiklag e te brile li avèk dife.
1SA 30:2 Anplis, yo te pran an kaptivite fanm ki te ladann yo, ni piti ni gran, san touye pèsòn, yo te pran yo e ale fè wout yo.
1SA 30:3 Lè David avèk mesye li yo te vini nan vil la, vwala, li te brile avèk dife. Madanm yo ak fis pa yo e fi pa yo te pran an kaptivite.
1SA 30:4 Alò David avèk moun ki te avè l yo te leve vwa yo e te kriye jiskaske yo pa t gen fòs nan yo pou kriye.
1SA 30:5 Alò, de madanm a David yo te pran an kaptivite, Achinoam, Jizreyelit la ak Abigaïl, vèv Nabal la, Kamelit la.
1SA 30:6 Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a.
1SA 30:7 David te di a Abiathar, prèt la, fis Achimélec la: “Souple, pote ban m efòd la.” Konsa, Abiathar te pote efòd la bay David.
1SA 30:8 David te fè demann SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe swiv bann mouton sa a? Èske mwen va gen tan jwenn yo?” Epi Li te reponn li: “Swiv yo, paske ou va anverite, jwenn yo, e ou va sove tout.”
1SA 30:9 Konsa, David te ale, li ansanm avèk sis-san mesye ki te avèk li yo. Yo te rive kote ravin Besor a, kote sila ki te kite dèyè yo te rete a.
1SA 30:10 Men David te kontinye pouswiv, li menm avèk kat-san mesye yo. Paske lòt de-san nan yo ki te twò bouke pou travèse ravin Besor a, te rete.
1SA 30:11 Konsa, yo te twouve yon Ejipsyen nan chan an e yo te mennen li kote David. Yo te ba li pen pou li te manje e yo te bay li dlo pou l bwè.
1SA 30:12 Yo te ba li yon mòso gato fig etranje ak de grap rezen pou li te manje. Epi lespri li te vin leve, paske li pa t manje ni bwè dlo pandan twa jou ak twa nwit.
1SA 30:13 David te mande li: “Pou kilès ou ye? Kibò ou sòti?” Li te di: “Mwen se yon jennonm ki sòti an Égypte, sèvitè a yon Amalekit. Mèt mwen te kite m dèyè lè m te tonbe malad twa jou pase.
1SA 30:14 Nou te fè yon atak nan Negev a Keretyen yo ak sou sa ki apatyen a Juda a ak nan Negev pou Caleb la; epi nou te brile Tsiklag avèk dife.”
1SA 30:15 Konsa, David te mande li: “Èske ou va mennen mwen desann kote lame sila a?” Li te reponn: “Sèmante a mwen menm pa Bondye pou ou pa touye mwen ni livre mwen nan men a mèt mwen an, epi mwen va mennen ou desann kote lame sa a.”
1SA 30:16 Lè li te mennen li desann, vwala, yo te gaye nan tout tè a, yo t ap manje, bwè e danse akoz tout gran piyaj ke yo te pran nan peyi Filisten avèk peyi Juda yo.
1SA 30:17 David te fè masak sou yo soti nan aswè jis rive nan pwochen jou a. Nanpwen yon nonm nan yo ki te chape, sof kat-san jennonm ki te monte sou chamo pou te sove ale.
1SA 30:18 Konsa, David te reprann tout sa ke Amalekit yo te pran yo, e te livre reprann de madanm li yo.
1SA 30:19 Men anyen ki te pou yo pa t manke, ni piti, ni gran, fis oswa fi, piyaj, oswa nenpòt sa ke yo te pran pou yo menm; David te mennen tout retounen.
1SA 30:20 Konsa, David te vin kaptire tout mouton ak bèf ki te pouse devan lòt bèt yo, epi yo te di: “Sa se piyaj a David.”
1SA 30:21 Lè David te rive kote de-san mesye ki te twò bouke pou swiv David yo, sa yo ki te rete kote ravin Besor yo te parèt pou rankontre David avèk moun ki te avèk li yo. David te pwoche pèp la pou te salye yo.
1SA 30:22 Alò, tout mesye mechan yo avèk sanzave yo pami sila ki te ale avèk David yo te di: “Akoz yo pa t ale avèk nou, nou p ap bay yo anyen nan piyaj ke nou te reprann an, sof a chak mesye, madanm yo avèk pitit yo pou yo kapab mennen yo ale sòti.”
1SA 30:23 Alò, David te di: “Fòk nou pa fè sa, frè m yo, avèk sa ke SENYÈ a te bannou, ki te kenbe nou e livre nan men nou lame a ki te vini kont nou an.
1SA 30:24 Epi se kilès ki va koute ou nan afè sila a? Paske jan pòsyon a sila ki te desann nan batay la, se menm jan an pòsyon pa l ki rete avèk pwovizyon yo. Yo va separe menm jan an.”
1SA 30:25 Se konsa ke li te ye depi nan jou sa a, ke li te fè l vin yon prensip ak yon règleman ke yo va separe menm jan an.
1SA 30:26 Alò, lè David te vini Tsiklag, li te voye nan piyaj la kote ansyen a Juda yo, a zanmi li yo, e li te di: “Gade byen, yon kado pou nou soti nan piyaj a lènmi a SENYÈ yo.”
1SA 30:27 Li te voye l a sila ki te Béthel yo, sila ki te Ramoth a Negev la ak sila ki te Jatthir yo,
1SA 30:28 anplis, a sila ki te Aroër yo, a sila ki te Siphmoth yo ak sila ki te Eschthemoa yo,
1SA 30:29 epi a sila ki te Racal yo, sila ki te nan vil a Jerachmeyelit yo ak sila ki te nan vil a Kenyen yo,
1SA 30:30 epi a sila ki te Horma yo, a sila ki te Cor-Aschan yo ak sila ki te Athac yo,
1SA 30:31 epi a sila ki te Hébron yo, ak tout zòn kote David li menm avèk mesye li yo te abitye rete yo.
1SA 31:1 Alò Filisten yo t ap goumen kont Israël e mesye Israël yo te kouri devan Filisten yo, e yo te tonbe mouri sou Mòn Guilboa.
1SA 31:2 Filisten yo te rive sou Saül avèk fis li yo. Konsa, yo te touye Jonathan avèk Abinadab, ak Malkishua, fis a Saül yo.
1SA 31:3 Batay la te vire rèd kont Saül. Ekip tire flèch ak banza yo te rive sou li; epi li te gravman blese pa ekip banza yo.
1SA 31:4 Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.
1SA 31:5 Lè pòtè zam nan te wè ke Saül te mouri avèk twa fis li yo, li tou te tonbe sou nepe li pou te mouri avèk li.
1SA 31:6 Konsa Saül te mouri avèk twa fis li yo, pòtè zam li an, ak tout mesye pa l yo ansanm nan jou sa a.
1SA 31:7 Lè mesye Israël ki te lòtbò vale a avèk sila ki te lòtbò Jourdain an, te wè ke mesye Israël yo te sove ale e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te abandone vil yo e te sove ale. Konsa, Filisten yo te vin viv ladan yo.
1SA 31:8 Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk twa fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa.
1SA 31:9 Yo te koupe tèt li e te retire zam li yo pou te voye yo toupatou nan peyi Filisten yo, pou pote bòn nouvèl la rive lakay zidòl pa yo ak pèp yo a.
1SA 31:10 Yo te mete zam li yo nan tanp Astarté yo e yo te tache kadav li nan miray kote Beth-Schan an.
1SA 31:11 Alò, lè moun ki te rete Jabès yo te tande sa ke Filisten yo te fè a Saül,
1SA 31:12 tout mesye vanyan yo te leve mache tout nwit lan pou te pran kò Saül la avèk kò a fis pa li yo soti nan miray Beth-Schan an. Lè yo te rive Jabès yo te brile yo la.
1SA 31:13 Yo te pran zo yo e te antere yo anba pye tamaren Jabès la e yo te fè jèn pandan sèt jou.
2SA 1:1 Alò, li te vin rive ke lè Saül te fin mouri, e David te retounen soti nan masak a Amalekit yo, ke David te rete pandan de jou nan Tsiklag.
2SA 1:2 Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè.
2SA 1:3 Alò, David te di li: “Depi ki kote ou sòti?” Li te reponn: “Mwen te chape soti nan kan Israël la.”
2SA 1:4 David te di li: “Se kijan bagay yo te sòti? Souple, fè m konnen.” Konsa, li te di: “Moun yo gen tan sove ale kite batay la, e anplis, anpil nan moun yo tonbe mouri. Epi Saül avèk Jonathan, fis li a te mouri tou.”
2SA 1:5 Konsa, David te di a jennonm nan ki te pale li a: “Kijan ou fè konnen ke Saül avèk fis li, Jonathan mouri?”
2SA 1:6 Jennonm ki te pale li a te di: “Pa aza mwen te sou Mòn Guilboa, e gade byen, Saül t ap apiye sou frenn li an. Epi gade, cha yo avèk chevalye yo t ap kouri rèd sou li.
2SA 1:7 Lè l te gade dèyè li, li te wè m e te rele mwen. Epi mwen te di: ‘Men mwen’.
2SA 1:8 Li te di mwen: ‘Se ki moun ou ye?’ Epi mwen te reponn li: ‘Mwen se yon Amalekit’.
2SA 1:9 Alò li te di mwen: ‘Souple, kanpe akote mwen pou touye mwen; paske gwo doulè gen tan sezi mwen akoz lavi m toujou rete nan mwen.’
2SA 1:10 Konsa, mwen te kanpe akote li pou te touye li; paske mwen te konnen ke li pa t kab viv lè l te fin tonbe a. Epi mwen te pran kouwòn ki te sou tèt li a, ak braslè ki te nan bra li a, e mwen te mennen yo isit la kote mèt mwen.”
2SA 1:11 Alò, David te sezi rad li, te chire yo, menm jan tout mesye ki te avè l yo te fè.
2SA 1:12 Yo te fè dèy e te kriye fè jèn pou Saül avèk fis li a, Jonathan, pou pèp SENYÈ a e pou lakay Israël jis rive nan aswè, akoz yo te tonbe pa nepe.
2SA 1:13 David te di a jennonm ki te pale li a: “Se kibò ou sòti?” Epi li te reponn: “Mwen se fis a yon etranje, yon Amalekit.”
2SA 1:14 Alò, David te di li: “Kijan sa ye ke ou pa t pè lonje men ou pou detwi onksyone a SENYÈ a?”
2SA 1:15 Epi David te rele youn nan jennonm yo e te di: “Ale, koupe l fè l desann.” Konsa, li te frape li e li te mouri.
2SA 1:16 David te di li: “San ou sou pwòp tèt pa w; paske bouch ou te fè temwayaj kont ou menm e te di: ‘Mwen te touye onksyone a SENYÈ a.’”
2SA 1:17 Alò, David te chante lamantasyon sila sou Saül avèk fis li a, Jonathan.
2SA 1:18 Epi li te di yo pou montre fis a Juda yo chan ki rele Banza a. Gade byen, li ekri nan liv a Jaschar a.
2SA 1:19 “Bèlte ou, O Israël, detwi sou wo plas ou yo! O kijan glwa ou yo te tonbe sou wo plas yo!
2SA 1:20 Pa pale sa nan Gath, ni pwoklame sa nan lari Askalon yo, sof fi Filisten yo ta rejwi; fi a ensikonsi yo ta egzalte,
2SA 1:21 O mòn a Guilboa yo, pa kite lawouze ni lapli vin tonbe sou nou, ni sou chanm ofrann yo; paske pwisan yo te tonbe, paske la, boukliye pwisan an te vin sal. Boukliye Saül te pèdi lwil onksyon an.
2SA 1:22 Soti nan san a sila ki te mouri yo, soti nan grès a pwisan yo, banza a Jonathan an pa t fè bak, ni nepe a Saül la pa t retounen vid.
2SA 1:23 Saül avèk Jonathan, byen emab e byeneme pandan vi pa yo, epi nan mò yo, yo pa t vin separe. Yo te pi rapid ke èg yo. Yo te pi pwisan pase lyon yo.
2SA 1:24 O fi Israël yo, kriye pou Saül, ki te fè nou abiye byen bèl ak twal wouj, ki te mete òneman an lò sou vètman nou.
2SA 1:25 Kijan pwisan yo vin tonbe nan mitan batay la! Jonathan vin touye sou wo plas nou yo.
2SA 1:26 Mwen twouble pou ou, frè m Jonathan. Ou te konn fè m byen kontan. Lanmou ou te yon bèl bagay. Lanmou ou te pi presye ke lanmou a yon fanm.
2SA 1:27 Kijan pwisan yo te tonbe e zam lagè yo te vin peri!”
2SA 2:1 Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”
2SA 2:2 Pou sa, David te monte la ansanm akde madanm li yo tou, Achinoam, Jizreyelit la, avèk Abigaïl, Kamelit la, fanm a Nabal la.
2SA 2:3 Epi David te fè monte mesye ki te avèk li yo, yo chak avèk pwòp lakay pa yo, e yo te rete nan vil Hébron yo.
2SA 2:4 Alò, mesye Juda yo te parèt e se la, yo te onksyone David wa sou kay Juda a. Epi yo te pale David, e te di: “Se te mesye a Jabès Galaad ki te antere Saül yo.”
2SA 2:5 David te voye mesaje yo bò kote mesye Jabès Galaad yo. Li te di yo: “Ke nou beni pa SENYÈ a akoz nou te montre bonte nou anvè Saül, mèt nou an, e nou te antere li.
2SA 2:6 Alò, ke SENYÈ a montre bonte avèk verite Li a nou menm. Konsa, mwen tou, mwen va montre nou bonte sa a akoz nou te fè bagay sa a.
2SA 2:7 Pou sa, kite men nou rete fò e plen kouraj. Paske mèt nou an, Saül mouri e anplis, kay Juda a te onksyone mwen kòm wa sou yo menm”.
2SA 2:8 Men Abner, fis a Ner a, te pran Isch-Boscheth, fis a Saül la e te mennen li antre Mahanaïm.
2SA 2:9 Li te fè li wa sou Galaad, sou Gechouryen yo, sou Jizreel, sou Ephraïm ak sou Benjamin, menm sou tout Israël la.
2SA 2:10 Isch-Boscheth, fis a Saül la te gen karant ane lè l te devni wa sou Israël, e li te wa pandan dezan. Men, lakay Juda te swiv David.
2SA 2:11 Fòs tan ke David te wa nan Hébron sou Juda a se te sèt ane avèk si mwa.
2SA 2:12 Alò, Abner, fis a Ner a te sòti Mahanaïm kote Gabaon avèk sèvitè a Isch-Boscheth yo, fis a Saül la.
2SA 2:13 Konsa, Joab, fis a Tseruja a avèk sèvitè a David yo te sòti pou rankontre yo akote sous Gabaon an. Yo te chita konsa, youn nan yon bò sous la e lòt la nan lòtbò sous la.
2SA 2:14 Abner te di a Joab: “Alò, kite jennonm yo leve fè yon kou batay devan nou la a.” Joab te reponn: “Kite yo leve.”
2SA 2:15 Konsa, yo te leve travèse ak kontwòl, douz pou Benjamin avèk Isch-Boscheth, fis a Saül yo e douz pou sèvitè a David yo.
2SA 2:16 Chak te sezi advèsè li nan tèt e te fonse nepe li nan akote advèsè li a; konsa, yo te tonbe atè ansanm. Pou sa, yo te rele plas sa a Helkath-Hatsurim chanm a lam nepe yo ki nan Gabaon.
2SA 2:17 Nan jou sa a, batay la te trè sevè e Abner avèk mesye Israël yo te kale devan sèvitè David yo.
2SA 2:18 Alò, twa fis a Tseruja yo te la, Joab avèk Abschaï avèk Asaël te vit sou pye yo tankou yon gazèl mawon nan chan.
2SA 2:19 Asaël te kouri dèyè Abner e pa t vire ni adwat ni agoch nan kouri dèyè Abner.
2SA 2:20 Alò, Abner te gade dèyè li, e te di: “Èske se ou, Asaël?” Epi li te reponn: “Se mwen.”
2SA 2:21 Konsa, Abner te di li: “Vire vè adwat oswa agoch, pran youn nan jennonm yo pou kont ou e pran pou ou menm nan piyaj la.” Men Asaël pa t dakò pou vire pa swiv li.
2SA 2:22 Abner te repete ankò a Asaël: “Vire pa swiv mwen Poukisa mwen ta frape ou pou jiskaske ou rive atè? Konsa, kijan mwen ta kapab leve figi mwen a frè ou a, Joab?”
2SA 2:23 Sepandan, li te refize vire akote; pou sa, Abner te frape li nan vant avèk frenn li jiskaske li te parèt nan do li Epi li te tonbe la menm e te mouri sou lye a. Epi li te vin rive ke tout moun ki te vini kote Asaël te mouri an, te kanpe an plas.
2SA 2:24 Men Joab avèk Abischaï te kouri dèyè Abner e pandan solèy la t ap bese, yo te rive nan ti mòn a Amma a, ki devan Guiach pa chemen dezè a Gabaon an.
2SA 2:25 Fis Benjamin yo te rasanble ansanm dèyè Abner e te devni yon sèl ekip; epi yo te kanpe sou tèt a yon sèten ti mòn.
2SA 2:26 Alò, Abner te rele Joab e te di: “Èske epe a va devore tout tan? Èske ou pa konprann ke alafen, sa ap vin anmè? Pou konbyen de tan ou va refize di pèp la sispann kouri dèyè frè yo?”
2SA 2:27 Joab te di: “Jan Bondye viv la, si ou pa t pale; byensi, pèp la t ap kite sa maten an e chak moun t ap sispann swiv frè yo.”
2SA 2:28 Epi Joab te soufle twonpèt la. Konsa, tout pèp la te sispann e yo pa t kouri dèyè Israël ankò, ni yo pa t kontinye goumen ankò.
2SA 2:29 Alò, Abner avèk mesye pa li yo te mache nan dezè Araba a tout nwit lan. Yo te travèse Jourdain an, yo te mache tout maten an pou te vini Mahanaïm.
2SA 2:30 Alò, Joab te retounen soti swiv Abner. Lè li te fin rasanble tout pèp la ansanm, diz-nèf nan sèvitè David yo anplis ke Asaël te manke.
2SA 2:31 Men sèvitè David yo te touye anpil nan mesye Benjamin yo avèk Abner yo, jiskaske te rive twa-san-swasant moun te mouri.
2SA 2:32 Yo te pran Asaël e te antere li nan tonm papa li ki te Bethléhem. Epi Joab avèk mesye pa l yo te ale tout nwit lan jiskaske li te vin fè jou kote Hébron.
2SA 3:1 Alò, te gen yon gè byen long antre lakay Saül ak lakay David. David te vin pi pwisan, men lakay Saül, ofiyamezi, te vin pi fèb.
2SA 3:2 Fis te ne a David an Hébron: premye ne li a se te Amnon, pa Achinoam, Jizreyelit la;
2SA 3:3 epi dezyèm li a, Kileab, pa Abigaïl la, vèv a Nabal la, Kamalit la; epi twazyèm nan, Absalom, fis Maaca a, fi a Talmaï a, wa a Gueschur;
2SA 3:4 epi katriyèm nan, Adonija, fis a Haggith la e senkyèm nan, Schephathia, fis a Abithal la;
2SA 3:5 epi sizyèm nan, Jithream, pa Égla a, madanm a David.
2SA 3:6 Li te vin rive ke pandan te gen lagè antre lakay Saül ak lakay David, ke Abner t ap ranfòse pozisyon li lakay Saül.
2SA 3:7 Alò, Saül te gen yon ti mennaj ki te rele Ritspa, fi a Ajja a. Konsa, Isch-Boscheth te di a Abner: “Poukisa ou te antre nan ti mennaj papa m nan?”
2SA 3:8 Alò, Abner te byen fache akoz pawòl a Isch-Boscheth yo e te di: “Èske mwen se tèt yon chen ki pou Juda? Jodi a, mwen montre favè a lakay papa ou, a frè li yo, a zanmi li yo e mwen pa t livre ou nan men David. Epi malgre sa, jodi a, ou akize mwen kòm koupab nan afè fanm nan.
2SA 3:9 Ke Bondye fè sa a Abner, e menm plis toujou, si jan SENYÈ a te sèmante a David la, mwen pa akonpli sa pou li,
2SA 3:10 pou fè wayòm nan kite lakay Saül pou vin etabli sou twòn David sou Israël ak sou Juda, soti nan Dan, jis rive Beer-Schéba.”
2SA 3:11 Epi li pa t kab reponn Abner ankò, akoz li te pè li.
2SA 3:12 Alò Abner te voye mesaje yo kote David nan plas li, e te di: “Pou kilès peyi a ye? Fè akò ou avèk mwen; epi pou sa, men m va avèk ou pou mennen tout Israël bò kote ou.”
2SA 3:13 Li te di: “Sa bon! Mwen va fè yon akò avèk ou, men mwen ap fè yon sèten demann a ou menm. Konsa, ou p ap menm wè figi m sof ke ou mennen premyèman Mical, fi a Saül la, lè ou vin wè mwen.”
2SA 3:14 Konsa, David te voye mesaje yo kote Isch-Boscheth, fis a Saül la, e te di: “Ban mwen madanm mwen Mical, avèk sila mwen te fiyanse pou yon santèn prepis moun ki sòti nan Filisten yo.”
2SA 3:15 Isch-Boscheth te voye retire li de mari li, Paithiel, fis a Laïsch la.
2SA 3:16 Men mari li te ale avèk li. Li t ap kriye pandan li t ap prale e te swiv li jis rive Bachurim. Epi Abner te di li: “Ale, retounen!” Konsa, li te retounen.
2SA 3:17 Alò, Abner te fè konsiltasyon avèk ansyen Israël yo e te di: “Nan tan pase yo, nou te chache fè David vin wa sou nou.
2SA 3:18 Alò konsa, annou fè l. Paske SENYÈ a te pale a David e te di: ‘Pa men a sèvitè Mwen an, David, Mwen va sove pèp Mwen an, Israël soti nan men a Filisten yo ak nan men a tout lènmi pa yo.’”
2SA 3:19 Abner osi te pale nan zòrèy a moun Benjamin yo. Anplis, Abner te ale fè rapò a David nan Hébron ke tout sa te parèt bon pou Israël, tout lakay Israël la ak a tout lakay Benjamin an.
2SA 3:20 Alò, Abner avèk ven mesye avèk li te vin kote David nan Hébron. David te fè yon gwo fèt pou Abner avèk mesye ki te avèk li yo.
2SA 3:21 Abner te di a David: “Kite mwen leve pou m ale rasanble tout Israël la kote mèt mwen an, wa a, pou yo kapab fè yon akò avèk ou e pou ou kapab devni wa sou tout sa ke nanm ou dezire yo.” Konsa, David te voye Abner ale e li te ale anpè.
2SA 3:22 Epi vwala, sèvitè a David yo avèk Joab te antre sòti nan yon atak piyaj e yo te pote anpil piyaj avèk yo. Men Abner pa t avèk David nan Hébron; paske li te voye li ale e li te sòti anpè.
2SA 3:23 Lè Joab avèk tout lame ki te avèk li a te rive, yo te pale Joab e te di: “Abner, fis a Ner a te rive vè wa a, li te voye li ale e li te sòti anpè.”
2SA 3:24 Alò, Joab te vini vè wa a e te di: “Se kisa ou te fè la a? Gade, Abner te vin kote ou. Alò, poukisa ou te voye li ale sòti deja?
2SA 3:25 Ou konnen Abner, fis a Ner a, ke li te antre pou twonpe ou, pou aprann jan ou sòti ak jan ou antre, pou dekouvri tout sa w ap fè.”
2SA 3:26 Lè Joab te sòti kote David, li te voye mesaje yo dèyè Abner. Yo te mennen li retounen soti nan pwi Sira a; men David pa t konnen.
2SA 3:27 Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.
2SA 3:28 Apre, lè David te tande sa, li te di: “Mwen avèk wayòm mwen an inosan devan SENYÈ a jis pou tout tan sou afè san Abner a, fis a Ner a.
2SA 3:29 Konsa, san sa a vin tonbe sou tèt Joab avèk tout lakay papa li. Epi pou ta genyen toujou lakay li yon moun ki gen ekoulman, oswa lalèp, oswa ki oblije mache ak baton, oswa ki tonbe pa nepe, oswa ki manke pen.”
2SA 3:30 Konsa, Joab avèk Abischaï te touye Abner akoz li te mete frè yo a lanmò nan batay Gabaon an.
2SA 3:31 Alò, David te di a Joab avèk tout moun ki te avèk li yo: “Chire rad nou e abiye nou an sak pou fè lamantasyon devan Abner.” Epi Wa David te mache dèyè sèkèy la.
2SA 3:32 Konsa, yo te antere Abner Hébron. Wa a te leve vwa li pou te kriye akote tonm Abner a, e tout moun te kriye.
2SA 3:33 Wa a te chante yon lamantasyon pou Abner, e te di: “Èske Abner ta dwe mouri tankou yon moun fou ta mouri?
2SA 3:34 Men ou pa t mare, ni pye ou pa t anchene. Tankou yon moun ki tonbe devan mechan yo, ou te tonbe.” Epi tout moun te kriye ankò sou li.
2SA 3:35 Alò, tout pèp la te vini pou konvenk David manje pen pandan li te toujou nan lajounen, men David te fè ve e te di: “Ke Bondye fè m sa e menm plis, si mwen goute pen oswa nenpòt lòt bagay avan solèy la vin kouche.”
2SA 3:36 Alò, tout pèp la te remake afè sa a, e li te fè yo plezi, jis jan ke tout sa ke wa a te fè te fè tout pèp la plezi.
2SA 3:37 Konsa, tout pèp la ak tout Israël te konprann nan jou sa a ke li pa t volonte a wa a pou mete Abner, fis a Ner a lanmò.
2SA 3:38 Epi wa a te pale ak sèvitè li yo: “Èske nou pa konnen ke yon prens, yon gran òm vin tonbe nan jou sa a an Israël?
2SA 3:39 Mwen fèb jodi a, malgre m onksyone kòm wa. Mesye sila yo, fis a Tseruja yo twò difisil pou mwen! Ke SENYÈ a rekonpanse malfektè a selon mechanste li a.”
2SA 4:1 Alò, lè Isch-Boscheth, fis a Saül la, te tande ke Abner te mouri Hébron, li te pèdi kouraj e tout Israël te twouble.
2SA 4:2 Fis a Saül la te gen de mesye ki te kòmandan a bann sòlda yo. Non a youn se te Baana e lòt la te Récab, fis a Rimmon Beéroth yo, ki apatyen a fis Benjamin yo (paske Beéroth te konsidere kòm yon pati nan Benjamin.
2SA 4:3 Tout Beyewotyen yo te sove ale pou rive Guitthaïm e te rete la kòm etranje jis rive jodi a).
2SA 4:4 Alò, Jonathan, fis a Saül la, te gen yon fis ki te kokobe nan pye li. Li te konsa akoz lè li te gen laj a senk ane lè rapò a Saül avèk Jonathan te rive soti Jizréel, fanm nouris li an te pran fis la pou te sove ale. Epi nan kouri sòti, li te tonbe e te vin kokobe. Non li se te Méphiboscheth.
2SA 4:5 Konsa fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, Récab, avèk Banna te pati pou te rive lakay Isch-Boscheth nan chalè lajounen an pandan li t ap pran repo midi a.
2SA 4:6 Yo te rive nan mitan kay la kòmsi yo t ap pran ble e yo te frape li nan vant. Epi Récab avèk Banna, frè li yo te chape ale.
2SA 4:7 Alò, lè yo te vin rive anndan kay la, pandan li te kouche sou kabann li nan chanm a dòmi li an, yo te frape li e te touye li. Yo te koupe tèt li e yo te vwayaje ak li nan chemen Araba a tout nwit lan.
2SA 4:8 Konsa, yo te mennen tèt a Isch-Boscheth kote David nan Hébron e yo te di a wa a: “Men gade, tèt a Isch-Boscheth, fis a Saül la, lènmi pa w la, ki te chache lavi ou a. Konsa, nan jou sa a, SENYÈ a te bay mèt mwen an, wa a, vanjans sou Saül avèk desandan li yo.”
2SA 4:9 David te reponn Récab avèk Banna, frè li, fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, e te di yo: “Jan SENYÈ a viv la, ki te peye racha lavi m soti nan tout twoub yo,
2SA 4:10 lè yon moun te pale m e te di: ‘Gade, Saül mouri’ e te panse ke se bòn nouvèl ke li te pote, mwen te sezi li e te touye li Tsiklag, kòm rekonpans pou nouvèl la.
2SA 4:11 Alò, konbyen anplis, lè moun mechan yo vin touye yon nonm ladwati nan pwòp kay li sou kabann li! Èske se pa ke m ta oblije mande san li nan men nou e rache nou sou fas tè a?”
2SA 4:12 Alò, David te pase lòd sou jennonm yo. Yo te touye yo, yo te koupe men yo avèk pye yo, e te pann yo akote sous Hébron an. Men yo te pran tèt a Isch Boscheth e yo te antere li nan tonm Abner a nan Hébron.
2SA 5:1 Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp zo ou ak chè ou.
2SA 5:2 Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon chèf sou Israël.’”
2SA 5:3 Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi yo te onksyone David wa sou Israël.
2SA 5:4 David te gen laj a trantan lè l te devni wa. Li te renye pandan karantan.
2SA 5:5 Nan Hébron, li te renye sou Juda pandan sèt ane, si mwa e nan Jérusalem, li te renye pandan trann-twazan sou tout Israël avèk Juda.
2SA 5:6 Alò, wa a avèk moun pa li yo te ale Jérusalem kont Jebizyen yo, moun ki te rete nan peyi a. Men yo te di a David: “Ou p ap antre isit la, men menm avèg yo avèk bwate yo va fè ou vire ale”. Paske yo te panse ke: “David p ap kab antre la.”
2SA 5:7 Sepandan, David te kaptire fòterès Sion an, sa vle di, “vil David la”.
2SA 5:8 David te di nan jou sa a: “Nenpòt moun ki va frape Jebizyen yo, kite li rive kote bwate yo avèk avèg yo, ki rayi pa nanm David, pa kanal dlo a.” Akoz sa, yo konn di: “Avèg ak bwate p ap antre nan kay la.”
2SA 5:9 Konsa, David te rete nan fò a e li te rele li “Vil David la”. Epi David te bati toutotou soti nan sitadèl Milo a jis rive anndan.
2SA 5:10 David te devni gran e pi gran, paske SENYÈ a, Bondye dèzame yo te avèk li.
2SA 5:11 Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David.
2SA 5:12 Konsa, David te vin wè ke SENYÈ a te etabli li kòm wa sou Israël, ke Li te egzalte wayòm li an pou koz pèp Li a, Israël.
2SA 5:13 Antretan, David te pran plis ti mennaj avèk madanm soti Jérusalem lè l fin kite Hébron; epi plis fis avèk fi te fèt pou David.
2SA 5:14 Alò, sila yo se non a sila ki te fèt pou li Jérusalem yo: Schammua, Schobab, Nathan, Salomon,
2SA 5:15 Jibhar, Élishua, Népheg, Japhia,
2SA 5:16 Élischama, Éliada, Éliphéleth.
2SA 5:17 Lè Filisten yo te tande ke yo te onksyone David wa sou Israël, tout Filisten yo te monte pou chache jwenn David. Lè David te tande sa, li te desann nan fò a.
2SA 5:18 Alò, Filisten yo te vin gaye yo nan vale Rephaïm nan.
2SA 5:19 Konsa, David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?” SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”
2SA 5:20 Konsa, David te vini Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim.
2SA 5:21 Yo te abandone zidòl yo la. Pou sa, David avèk mesye li yo te pote yo ale.
2SA 5:22 Alò, Filisten yo te monte yon fwa ankò. Yo te gaye yo nan vale Rephaïm nan.
2SA 5:23 Lè David te mande konsèy a SENYÈ a, Li te di: “Ou pa pou monte. Ansèkle jis pa dèyè yo e vini sou yo pa devan pye sikomò yo.
2SA 5:24 Li va rive, ke lè ou tande son mache a sou tèt bwa yo; alò, ou va aji vit, paske se nan lè sa a ke SENYÈ a ap gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten an.”
2SA 5:25 Alò, David te fè konsa, jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, e li te bat Filisten yo soti Guéba, pou jis rive Guézer.
2SA 6:1 Alò, David te ankò ranmase tout mesye chwazi an Israël yo nan kantite trant-mil.
2SA 6:2 Li te leve pou te ale avèk tout moun ki te avèk li yo Baalé-Juda, pou fè monte soti la, lach Bondye ki rele pa Non an, vre non dirèk SENYÈ dèzame yo ki enstale sou twòn anwo cheriben an.
2SA 6:3 Yo te plase lach Bondye a sou yon kabwa tounèf pou yo te kab mennen li soti lakay Abinadab ki te sou ti kolin nan. Se te Uzza avèk Achjo, fis Abinadab la, ki te mennen kabwèt nèf la.
2SA 6:4 Konsa, yo te mennen li avèk lach Bondye a soti lakay Abinadab, ki te sou ti kolin nan. Achjo t ap mache devan lach la.
2SA 6:5 Antretan, David avèk tout lakay SENYÈ a t ap selebre devan SENYÈ a avèk tout kalite enstriman ki fèt an bwa pichpen, avèk ap, gita, tanbouren, ak kastanèt ak senbal.
2SA 6:6 Men lè yo te rive nan glasi Nacon an, Uzza te lonje men l vè lach Bondye a pou te kenbe li, paske bèf kabwèt yo te manke tonbe.
2SA 6:7 Konsa, kòlè SENYÈ a te brile kont Uzza, epi Bondye te frape li la pou mank respè li a. Li te mouri la akote lach BONDYE a.
2SA 6:8 David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a kont Uzza e plas sa a te vin rele Pérets-Uzza (kase antre a Uzza) jis rive jodi a.
2SA 6:9 Konsa, David te pè SENYÈ a nan jou sa a. Li te di: “Kijan lach SENYÈ a kapab rive kote mwen?”
2SA 6:10 Konsa, David pa t dakò pou deplase lach la antre nan vil David la avèk li; men David te mennen li akote, pou l rive kay Obed-Édom, Gatyen an.
2SA 6:11 Konsa, lach SENYÈ a te rete lakay Obed-Édom an, Gatyen an, pandan twa mwa e SENYÈ a te beni Obed-Édom avèk tout lakay li.
2SA 6:12 Alò, yo te pale a wa David, e te di: “SENYÈ a te beni lakay Obed-Édom avèk tout sa ki pou li akoz lach Bondye a.” Konsa, David te ale monte lach Bondye a soti lakay Obed-Édom pou antre nan vil David la avèk kè kontan.
2SA 6:13 Lè pòtè lach SENYÈ a yo te fin fè sis pa, li te fè sakrifis a yon bèf kabwèt avèk yon jenn bèf gra.
2SA 6:14 Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te abiye avèk yon efòd fèt ak len.
2SA 6:15 Konsa, David avèk tout kay Israël la t ap mennen lach SENYÈ a monte avèk gwo kri lajwa e avèk son twonpèt.
2SA 6:16 Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l.
2SA 6:17 Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a.
2SA 6:18 Lè David te fin ofri ofrann brile avèk ofrann lapè yo, li te beni pèp la nan non SENYÈ dèzame a.
2SA 6:19 Anplis, li te fè separe bay a tout pèp la, yon gato pen, youn ak fwi dat e youn avèk rezen pou chak moun. Apre, tout pèp la te pati, chak moun nan pwòp kay yo.
2SA 6:20 Men lè David te retounen pou beni lakay li, Mical, fi a Saül la, te vin parèt pou rankontre David e te di: “Men kijan wa Israël la te onore pwòp tèt li jodi a! Li te dekouvri li menm jodi a nan zye a tout bòn kay ak sèvitè li yo kòm yon nonm ensanse san wont ta vin dekouvri kò li.”
2SA 6:21 Konsa, David te di a Mical: “Devan SENYÈ aki te chwazi mwen an olye de papa ou e olye de tout kay li a, pou vin dezinye mwen chèf sou pèp SENYÈ a, sou Israël; pou sa, mwen va selebre devan SENYÈ a.
2SA 6:22 Mwen va vin konte pa lòt moun kòm pi lejè ke sa, e mwen va vin enb nan pwòp zye m, men avèk bòn sila ke ou te pale yo; avèk yo, mwen va vin onore.”
2SA 6:23 Mical, fi a Saül la, pa t fè pitit jis rive jou ke li te mouri an.
2SA 7:1 Alò, li te vin rive ke pandan wa a te rete lakay li a, e SENYÈ a te ba li repo tout kote sou lènmi li yo,
2SA 7:2 ke wa a te vin di a Nathan, pwofèt la: “Gade koulye a, Mwen menm rete nan yon kay ki fèt ak bwa sèd; men lach Bondye a rete anndan yon tant ki fèt ak rido.”
2SA 7:3 Nathan te di a wa a: “Ale, fè tout sa ki nan tèt ou, paske SENYÈ a avèk ou.”
2SA 7:4 Men nan menm nwit lan, pawòl SENYÈ a te vini a Nathan e te di:
2SA 7:5 “Ale e pale a sèvitè Mwen an, David: ‘Se konsa SENYÈ a pale, “Èske se ou menm ki ta dwe bati yon kay pou Mwen ta vin rete ladann?
2SA 7:6 Paske Mwen pa t rete nan yon kay depi jou ke M te mennen fè sòti fis Israël yo an Égypte, jis rive jodi a. Men Mwen te konn deplase patou nan yon tant, menm yon tabènak.
2SA 7:7 Nenpòt kote ke M te ale avèk tout fis Israël yo, èske M te pale yon sèl pawòl avèk youn nan tribi a Israël yo, ke M te kòmande pou fè bèje a pèp Mwen an, Israël, pou di: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay ki fèt an sèd?’
2SA 7:8 Alò pou sa, konsa ou va di a sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo; Mwen te pran ou soti nan patiraj la, soti nan swiv mouton, pou devni yon chèf sou pèp Mwen an, Israël.
2SA 7:9 Mwen te toujou avèk ou nenpòt kote ou te ale, e Mwen te retire lènmi ou yo soti devan ou. Konsa, Mwen va fè de ou yon gwo non, tankou non a gwo moun ki sou latè yo.
2SA 7:10 Mwen va, osi, etabli yon plas pou pèp Mwen an, Israël. Mwen va plante yo, pou yo kab viv nan pwòp plas yo e pou yo pa vin deranje ankò, ni pou mechan pa aflije yo ankò tankou lontan,
2SA 7:11 menm soti nan jou ke M te kòmande jij yo pou vin sou pèp Mwen an, Israël. Epi Mwen va ba ou repo sou tout lènmi ou yo. SENYÈ a va osi deklare a ou menm ke SENYÈ a va fè yon kay pou ou.
2SA 7:12 Lè jou ou yo fin pase e ou kouche avèk zansèt ou yo, Mwen va fè vin leve desandan apre ou, ki va vin sòti nan ou menm e Mwen va etabli wayòm li.
2SA 7:13 Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan.
2SA 7:14 Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo.
2SA 7:15 Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an.
2SA 7:16 Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’”
2SA 7:17 An akò avèk tout pawòl sila yo, tout vizyon sila yo, Nathan te pale avèk David.
2SA 7:18 Epi David, wa a, te antre chita devan SENYÈ a. Li te di: “Se kilès mwen ye, O Mèt BONDYE e se kisa lakay mwen ye, pou Ou te mennen mwen jis rive isit la?
2SA 7:19 Epi anplis, sa te yon ti bagay nan zye Ou, O Mèt BONDYE, paske Ou te pale osi pa lakay sèvitè Ou a, de avni byen lwen an. Epi sa se koutim a lòm, O Mèt BONDYE
2SA 7:20 Ankò, ki bagay anplis David kab di Ou? Paske Ou konnen sèvitè Ou a, O Mèt, BONDYE!
2SA 7:21 Pou koz a pawòl Ou e selon pwòp kè Ou, Ou te fè tout gwo bagay sila yo pou fè sèvitè Ou konnen.
2SA 7:22 Pou rezon sa a, Ou gran, O Mèt BONDYE; paske nanpwen lòt tankou Ou menm e nanpwen lòt dye sof ke Ou menm, selon tout sa ke nou te tande avèk pwòp zòrèy nou.
2SA 7:23 Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson pou Li menm kòm yon pèp, e pou fè yon non pou Li menm; pou fè yon gran bagay pou Ou ak bagay mèvèy pou peyi Ou a, devan pèp ke Ou te peye ranson pou kont Ou sòti an Égypte la, nan mitan nasyon yo, avèk dye pa yo.
2SA 7:24 Paske Ou te etabli pou kont Ou, pèp Ou a, Israël kòm pèp Ou pou tout tan, e Ou menm, O SENYÈ a te devni Bondye pa yo.
2SA 7:25 “Pou sa, koulye a, O SENYÈ Bondye, pawòl ke Ou te pale konsènan sèvitè Ou avèk lakay li a, konfime nèt e fè jan Ou te pale a.
2SA 7:26 Kite non Ou kapab vin resevwa glwa jis pou tout tan, pou di: ‘SENYÈ dèzame a se Bondye sou Israël la; epi pou lakay a sèvitè Ou a kapab vin etabli devan Ou.’
2SA 7:27 Paske Ou menm, O SENYÈ, Bondye a Israël la, te fè yon revelasyon a sèvitè Ou a e te di: ‘Mwen va bati yon kay pou ou’. Pou sa, sèvitè Ou a te jwenn kouraj pou fè priyè sila a, a Ou menm.
2SA 7:28 “Alò, O Senyè BONDYE, Ou se Bondye. Pawòl Ou se verite e Ou te pwomèt bon bagay sila a a sèvitè pa Ou a.
2SA 7:29 Alò, pou sa, pou li kapab fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè pa Ou a, pou li kapab kontinye pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O Senyè BONDYE, te pale; epi avèk benediksyon pa Ou, pou lakay sèvitè Ou a kapab beni pou tout tan.”
2SA 8:1 Konsa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo e te mete yo anba lòd. David te pran kontwòl a vil prensipal la soti nan men a Filisten yo.
2SA 8:2 Li te bat Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.
2SA 8:3 Alò, David te bat Hadadézer, fis a Rehob la, wa a Tsoba, pandan li te nan wout pou reprann kontwòl li nan Rivyè Euphrate la.
2SA 8:4 David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha.
2SA 8:5 Lè Siryen a Damas yo te vini pou bay sekou a Hadadézer, wa a Tsoba a, David te touye venn-de-mil Siryen.
2SA 8:6 Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.
2SA 8:7 David te pran boukliye fèt an lò ki te pote pa sèvitè a Hadadézer yo e li te mennen yo Jérusalem.
2SA 8:8 Soti nan Béthach avèk Bérothaï, vil a Hadadézer yo, Wa David te pran yon gran kantite bwonz.
2SA 8:9 Alò lè Thoï, wa a Hamath la te tande ke David te bat tout lame a Hadadézer a.
2SA 8:10 Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz.
2SA 8:11 Wa David te dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo:
2SA 8:12 Soti nan Syrie avèk Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo avèk Amalekit yo, ak piyaj ki te soti osi nan Hadadézer, fis a Thoï a, wa a Tsoba a.
2SA 8:13 Konsa, David te vin fè yon non byen koni pou kont li, lè li te retounen soti nan touye dizui-mil Siryen nan Vale Sèl la.
2SA 8:14 Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.
2SA 8:15 David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a.
2SA 8:16 Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te grefye a.
2SA 8:17 Tsadok, fis a Achithub la avèk Achilémec, fis a Abithar a te prèt e Tseriah te sekretè.
2SA 8:18 Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo.
2SA 9:1 Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?”
2SA 9:2 Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li: “Èske ou se Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.”
2SA 9:3 Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.”
2SA 9:4 Konsa, wa a te di li: “Se kibò li ye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Gade byen, li nan kay Makir a, fis Ammiel la nan Lodebar.”
2SA 9:5 Epi Wa David te voye mennen li soti lakay Makir, fis a Ammiel la nan Lodebar.
2SA 9:6 Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?” Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”
2SA 9:7 David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”
2SA 9:8 Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade yon chen mouri tankou mwen?”
2SA 9:9 Konsa, wa a te rele sèvitè a Saül la, Tsiba. Li te di li: “Tout sa ki te pou Saül ak pou lakay li yo, mwen te vin bay yo a gran pitit a mèt ou a.
2SA 9:10 Ou menm avèk fis ou yo avèk sèvitè ou yo va kiltive tè a pou li, e ou va rekòlte jis pou pitit a mèt ou a kapab genyen manje. Sepandan, Méphiboscheth, gran fis a mèt ou a, va manje tout tan sou tab mwen.” Alò, Tsiba te gen kenz fis ak ven sèvitè.
2SA 9:11 Epi Tsiba te di a wa a: “Selon tout sa ke mèt mwen, wa a, kòmande sèvitè li a, konsa sèvitè ou a va fè.” Konsa, Méphiboscheth te manje sou tab David la, tankou youn nan fis a wa yo.
2SA 9:12 Méphiboscheth te gen yon jèn fis ki te rele Mica. Epi tout sila ki te rete lakay Tsiba yo te sèvitè a Méphiboscheth.
2SA 9:13 Konsa, Méphiboscheth te rete Jérusalem, paske li te manje sou tab a wa a tout tan. Alò, li te kokobe nan toude pye li.
2SA 10:1 Li te vin rive apre ke wa a Amoreyen an te mouri e Hanun, fis li a, te devni wa nan plas li.
2SA 10:2 Konsa, David te di: “Mwen va montre bòn volonte mwen a Hanun, fis a Nachasch la, jis jan ke papa li te montre m bòn volonte a.” Konsa, David te voye kèk nan sèvitè li yo pou konsole li konsènan papa li. Konsa, sèvitè a David yo te rive nan peyi Amonit yo.
2SA 10:3 Men prens a Amonit yo te di a Hanun, mèt pa yo a: “Èske ou kwè ke David ap onore papa ou akoz li te voye moun konsole ou? Èske David pa t pito voye sèvitè li yo kote ou pou fè ankèt vil la, pou espyone ak boulvèse li?”
2SA 10:4 Konsa, Hanun te pran sèvitè a David yo, li te pase razwa sou mwatye bab yo, li te koupe manto yo jis rive nan mitan kote kwis yo, e li te voye yo ale.
2SA 10:5 Lè yo te pale David sa, li te voye rankontre yo, paske mesye yo te imilye anpil. Epi wa a te di: “Rete Jéricho jiskaske bab nou vin pouse e konsa, retounen.”
2SA 10:6 Alò, lè fis a Ammon yo te wè ke yo te vin rayisab devan David, fis a Ammon yo te voye anplwaye Siryen yo Beth-Rehob e Siryen yo a Tsoba, ven-mil sòlda a pye, wa Macca avèk mil lòm e mesye a Tob yo avèk douz-mil lòm.
2SA 10:7 Lè David te tande sa, li te voye Joab avèk tout lame mesye vanyan yo.
2SA 10:8 Fis a Ammon yo te vin parèt. Yo te ranje yo nan chan batay la devan antre vil la, pandan Siryen a Tsoba yo avèk Rehob, mesye a Tob yo avèk Maaca pou kont yo te nan chan an.
2SA 10:9 Alò, lè Joab te wè ke batay la te ranje kont li pa devan kon pa dèyè, li te seleksyone pami mesye pi chwazi an Israël yo pou te ranje yo kont Siryen yo.
2SA 10:10 Men rès nan pèp la, li te plase yo nan men Abischaï, frè li a e li te ranje yo kont fis Ammon yo.
2SA 10:11 Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò, ou va ban m sekou; men si fis a Ammon yo twò fò pou ou, alò, mwen va vin ede ou.
2SA 10:12 Pran kouraj e kite nou parèt ak tout fòs nou pou koz a pèp nou an e pou vil Bondye pa nou an. Ke SENYÈ a kapab fè sa ki bon nan zye Li.”
2SA 10:13 Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te rapwoche nan batay la kont Siryen yo e yo te sove ale devan yo.
2SA 10:14 Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo osi te sove ale devan Abischaï e te antre nan vil la. Alò, Joab te retounen sispann goumen kont fis a Ammon yo pou te rive kote Jérusalem.
2SA 10:15 Lè Siryen yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te vin rasanble ansanm.
2SA 10:16 Epi Hadarézer te voye chache Siryen ki te pi lwen Rivyè Euphrate la pou yo te vini Hélam. Schobac, Kòmandan a lame a Hadarézer a te sou tèt yo.
2SA 10:17 Alò, lè sa te pale a David, li te rasanble tout Israël ansanm e te travèse Jourdain an pou te rive vè Hélam. Konsa, Siryen yo te alinye yo pou rankontre David e te goumen kont li.
2SA 10:18 Men Siryen yo te sove ale devan Israël. David te touye sèt-san mèt a cha Siryen, karant-mil chevalye e te frape fè desann Schobac, kòmandan lame pa yo a, e li te mouri la.
2SA 10:19 Lè tout wa yo, sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te pèdi devan Israël, yo te fè lapè avèk Israël pou te sèvi yo. Konsa, Siryen yo te vin gen krent pou ede fis a Ammon yo ankò.
2SA 11:1 Alò, li te fèt pandan prentan an, lè ke wa yo konn sòti batay, ke David te voye Joab, ansanm avèk sèvitè li yo ak tout Israël. Yo te detwi fis a Ammon yo e yo te fè syèj nan Rabba, men David te rete Jérusalem.
2SA 11:2 Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li.
2SA 11:3 Konsa, David te voye mande konsèy sou fanm sa a. Epi youn te di: “Èske sa se pa Bath-Schéba, fis a Éliam nan, fanm a Urie a, Itit la?”
2SA 11:4 David te voye mesaje pran li. Lè li te parèt kote li, li te kouche avèk li ( paske li te fin pirifye tèt li de salte a). Epi li te retounen lakay li.
2SA 11:5 Fanm nan te vin ansent. Li te voye di David: “Mwen ansent.”
2SA 11:6 Konsa, David te voye kote Joab. Li te di: “Voye ban mwen Urie, Itit la.” Konsa, Joab te voye Urie kote David.
2SA 11:7 Lè Urie te vin kote li, David te mande pa sikonstans a Joab avèk tout pèp la ak jan lagè a te mache a.
2SA 11:8 Alò, David te di a Urie: “Desann lakay ou pou lave pye ou.” Epi Urie te desann sòti lakay wa a, e yon kado soti nan men wa a te voye ba li.
2SA 11:9 Men Urie te dòmi kote pòt lakay wa a avèk tout sèvitè a mèt li yo. Li pa t desann lakay li.
2SA 11:10 Alò, lè yo te di David: “Urie pa t desann lakay li,” David te di a Urie: “Èske ou pa t fenk fin fè yon vwayaj? Poukisa konsa ou pa t desann lakay ou?”
2SA 11:11 Urie te di a David: “Lach la menm avèk Israël avèk Juda ap rete nan tant yo; epi mèt mwen, Joab avèk sèvitè a mèt mwen yo ap fè kan nan chan louvri. Konsa, kijan mwen kapab ale lakay mwen pou manje bwè e kouche avèk madanm mwen? Pa lavi ou ak lavi nanm ou menm, mwen p ap fè bagay sa a.”
2SA 11:12 Alò, David te di a Urie: “Rete isit la jodi a tou e demen mwen va kite ou ale.” Konsa, Urie te rete Jérusalem nan jou sa a ak pwochen jou a.
2SA 11:13 Alò David te rele li, li te manje bwè devan li e li te fè li sou. Epi nan aswè, li te sòti pou kouche sou kabann li avèk sèvitè a mèt li yo, men li pa t desann lakay li.
2SA 11:14 Alò, nan maten, David te ekri yon lèt a Joab pou te voye li nan men Urie.
2SA 11:15 Li te ekri nan lèt la, e te di: “Mete Urie pa devan nan chan kote batay la pi rèd la e retounen kite li, pou l kab tonbe mouri.”
2SA 11:16 Konsa, se te pandan Joab t ap veye vil la, ke li te mete Urie nan plas kote li te konnen lènmi an te gen mesye vanyan yo.
2SA 11:17 Mesye vil yo te sòti goumen kont Joab, kèk nan moun pami sèvitè a David yo te tonbe. Epi Urie, Itit la te mouri tou.
2SA 11:18 Alò, Joab te voye bay rapò a David selon tout evenman lagè a.
2SA 11:19 Li te kòmande mesaje a, e te di: “Lè ou fin pale tout afè lagè yo a wa a,
2SA 11:20 epi li vin rive ke kòlè leve nan wa a e li di ou: ‘Poukisa ou te pwoche pre vil la konsa pou goumen? Èske ou pa t konnen ke yo ta tire soti sou miray la?
2SA 11:21 Se kilès ki te frape Abimélec, fis a Jerubbéscheth la? Èske se pa yon fanm ki te jete yon wòch moulen sou li soti nan miray ki fè l mouri Thébets la? Poukisa ou te pwoche pre miray la?’ epi ou va di: ‘Sèvitè ou a Urie, Itit la, te mouri tou.’”
2SA 11:22 Konsa, mesaje a te pati pou te vin bay rapò a David, de tout sa ke Joab te voye li pale yo.
2SA 11:23 Mesaje a te di a David: “Mesye yo te genyen sou nou e te sòti kont nou nan chan an; men nou te peze yo rèd jis rive nan antre pòtay la.
2SA 11:24 Anplis, mesye banza yo te tire sou sèvitè ou yo soti nan miray la. Konsa, kèk nan sèvitè ou yo mouri, e sèvitè ou a, Urie, Etyen an mouri osi.”
2SA 11:25 Alò David te di a mesaje a: “Konsa ou va pale Joab, ‘Pa kite bagay sa a fè ou mal, paske nepe a devore youn menm jan ke yon lòt. Fè batay ou kont vil la vin pi rèd pou boulvèse li’. Se konsa pou ankouraje li.”
2SA 11:26 Alò, lè madanm a Urie te tande ke Urie, mari li a, te mouri, li te kriye pou mari li.
2SA 11:27 Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a.
2SA 12:1 Alò, SENYÈ a te voye Nathan kote David. Li te vin kote li e te di: “Te genyen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv.
2SA 12:2 Nonm rich la te gen anpil bann mouton avèk twoupo,
2SA 12:3 men pòv la, pa t gen anyen sof ke yon sèl ti mouton femèl, ke li te achte e li te nouri. Konsa, li te vin gran ansanm avèk li menm avèk pitit li yo. Li ta manje nan pen li, bwè nan tas li, kouche sou vant li e se te tankou yon fi pou li.
2SA 12:4 Alò, yon vwayajè te vin kote nonm rich la e li pa t dakò retire nan pwòp bann mouton ak twoupo pa li yo, pou fè pwovizyon pou li. Sof ke sa, li te pran mouton femèl a pòv sila pou prepare pou nonm ki te rive kote li a.”
2SA 12:5 Alò, kòlè a David te brile fò kont nonm nan, e li te di a Nathan: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, mesye ki te fè sa a merite lanmò.
2SA 12:6 Fòk li bay rekonpans pou ti mouton an kat fwa; paske li te fè bagay sa a san pitye.”
2SA 12:7 Alò, Nathan te di David: “Mesye a se ou menm! Konsa di SENYÈ a, Bondye a Israël la: ‘Se Mwen ki te onksyone ou kòm wa sou Israël e se mwen ki te delivre ou soti nan men a Saül.
2SA 12:8 Se Mwen menm tou ki te ba ou lakay mèt ou a ak madanm a mèt ou yo pou ou ta pran swen e Mwen te ba ou lakay Israël la avèk Juda. Epi si sa te twò piti, mwen t ap menm ajoute ba ou ankò anpil lòt bagay tankou sila yo!
2SA 12:9 Poukisa ou te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo.
2SA 12:10 Koulye a, pou sa, nepe p ap janm kite lakay ou, akoz ou te meprize Mwen e te pran madanm a Urie, Itit la pou devni madanm ou.’
2SA 12:11 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè leve mal kont ou soti nan pwòp kay ou. Mwen va menm pran madanm ou yo devan zye ou e bay a zanmi parèy ou e li va kouche avèk madanm ou yo gwo lajounen.
2SA 12:12 Anverite, ou te fè l an sekrè; men Mwen va fè bagay sa a devan tout Israël ak anba solèy la.’”
2SA 12:13 Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.” Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri.
2SA 12:14 Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.”
2SA 12:15 Konsa, Nathan te ale lakay li. Epi SENYÈ a te frape pitit ke vèv Urie te fè pou David la, jiskaske li te vin byen malad.
2SA 12:16 Pou sa, David te mande Bondye pou pitit la. Li te fè jèn e li te ale kouche tout nwit lan atè.
2SA 12:17 Ansyen lakay li yo te kanpe akote li pou leve li atè a, men li pa t dakò e li pa t manje avèk yo.
2SA 12:18 Konsa, li te vin rive nan setyèm jou a ke pitit la te vin mouri. Epi sèvitè a David yo te krent pou di l ke pitit la te mouri, paske yo te di: “Gade byen, pandan pitit la te vivan an, nou te pale avèk li e li pa t tande vwa nou. Konsa, kòman nou kab di li ke pitit la mouri, paske li kab fè tèt li mal?”
2SA 12:19 Men lè David te wè ke sèvitè li yo t ap pale an kachèt ansanm, David te apèsi ke pitit la te mouri. Pou sa, David te di a sèvitè li yo: “Èske pitit la mouri?” Yo te di: “Li mouri.”
2SA 12:20 Konsa, David te leve soti atè a. Li te lave tèt li, li te onksyone kò l, e li te chanje rad li. Konsa, li te antre lakay SENYÈ a pou te adore. Epi li te vin nan pwòp kay li. Lè li te mande, yo te mete manje devan li pou l te manje.
2SA 12:21 Sèvitè li yo te di li: “Se ki bagay sa ou te fè a? Pandan pitit la te vivan an, ou te fè jèn e te kriye, men lè pitit la te mouri, ou te leve pou te manje.”
2SA 12:22 Li te di: “Pandan pitit la te vivan an, mwen te fè jèn e te kriye; paske mwen te di: ‘Kilès ki te kab konnen, SENYÈ a ta kab petèt fè m gras, pou pitit la te kab viv.’
2SA 12:23 Men koulye a, li fin mouri. Poukisa mwen ta fè jèn? Èske mwen kapab fè l retounen ankò? Mwen va ale jwenn li, men li p ap retounen kote mwen.”
2SA 12:24 Konsa, David te rekonfòte madanm li, Bath-Schéba. Li te antre nan li e li te kouche avèk li. Li te bay nesans a yon fis e li te rele li Salomon. Alò, SENYÈ a te renmen li.
2SA 12:25 Li te voye nouvèl la pa Nathan, pwofèt la e Nathan te rele li Jedidja pou koz SENYÈ a.
2SA 12:26 Alò, Joab te goumen kont Rabba, moun nan fis Ammon yo, e li te kaptire vil wayal la.
2SA 12:27 Joab te voye mesaje yo a David. Li te di: “Mwen te goumen kont Rabba e te kaptire vil dlo yo.
2SA 12:28 Pou sa, rasanble rès pèp la, e fè kan kont vil la oswa, ma pran pou kont mwen pou l gen non pa m nan.”
2SA 12:29 Konsa, David te rasanble tout pèp la pou te ale Rabba. Li te goumen kont li e te kaptire li.
2SA 12:30 Li te pran kouwòn a wa pa yo a soti nan tèt li. Li te peze yon talan (anviwon trann-kat kilo) an lò, e ladann yon kantite pyè presye. Yo te mete li sou tèt David. Epi li te mennen piyaj la deyò vil la an gran kantite.
2SA 12:31 Anplis, li te mennen moun ki te ladan l deyò. Li te fè yo travay ak si, avèk pikwa, ak rach an fè, e te fè yo travay nan fou brik. Se konsa li te fè a tout vil ki te pou fis Ammon yo. Epi David avèk tout moun li yo te retounen Jérusalem.
2SA 13:1 Pita, apre sa Absalom, fis a David la te gen yon sè byen bèl ki te rele Tamar e Amnon, fis a David la te renmen li.
2SA 13:2 Amnon te tèlman fristre akoz sè li, Tamar, ke sa te fè li vin malad, paske li te vyèj e li te sanble difisil pou Amnon fè yon bagay ak li.
2SA 13:3 Men Amnon te gen yon zanmi ki te rele Jonadab, fis a Schimea a, frè David. Epi Jonadab te yon nonm byen rize.
2SA 13:4 Li te di li: “O fis a wa a, poukisa ou deprime maten apre maten konsa? Èske ou p ap di m sa?” Epi Amnon te di li: “Mwen tonbe nan renmen avèk Tamar, sè a frè m nan, Absalom.”
2SA 13:5 Alò, Jonadab te di li: “Kouche sou kabann ou e fè kòmsi ou malad. Lè papa ou vin wè ou, di li: ‘Souple, kite sè m nan, Tamar vin ban m manje. Kite li prepare manje a devan zye m, pou mwen kapab wè li e manje manje a soti nan men li.’”
2SA 13:6 Konsa, Amnon te kouche e te fè tankou li te malad. Lè wa a te vin wè li, Amnon te di a wa a: “Souple, kite sè m nan, Tamar vini fè kèk gato devan zye m, pou m kab manje nan men li.”
2SA 13:7 Alò, David te voye lakay pou Tamar. Li te di: “Ale koulye a lakay frè ou a, Amnon e prepare manje pou li.”
2SA 13:8 Konsa, Tamar te ale lakay Amnon pandan li te kouche a. Li te pran boul pen an, li te fwote l, li te fè gato devan zye li e te kwit gato yo.
2SA 13:9 Li te pran chodyè a pou te lonje mete yo devan li, men li te refize manje. Epi Amnon te di: “Fè tout moun sòti devan m.” Konsa tout moun te sòti devan li.
2SA 13:10 Alò, Amnon te di a Tamar: “Mennen manje a nan chanm dòmi mwen an, pou m kab manje li nan men ou.” Konsa, Tamar te pran gato ke li te fè yo e te mennen yo antre nan chanm dòmi kote frè li a, Amnon.
2SA 13:11 Lè li te mennen kote li pou manje, Amnon te kenbe li e te di li: “Vin kouche avè m, sè mwen.”
2SA 13:12 Men li te reponn li: “Non, frè mwen, pa vyole mwen! Paske bagay konsa yo pa fèt an Israël. Pa fè dega sila a!
2SA 13:13 Pou mwen menm, kote mwen ta kab livre a wont sa a? Epi pou ou menm, ou va tankou yon moun ranpli avèk foli an Israël. Pou sa, souple, pale avèk wa a, paske li p ap anpeche ou pran m.”
2SA 13:14 Sepandan, li pa t koute li. Akoz Amnon te pi fò pase li, li te vyole li, e te kouche avèk li.
2SA 13:15 Epi Amnon te vin rayi li avèk yon trè gwo rayisman. Rayisman avèk sila li te rayi li a te pi gran pase renmen avèk sila li te renmen li an. Amnon te di li: “Leve, sòti!”
2SA 13:16 Men li te di a li: “Non, paske mal sa a ke w ap fè nan voye m ale a pi mal pase lòt ke ou te fè m nan!” Men li pa t koute li.
2SA 13:17 Alò, li te rele jennonm ki t ap okipe li a, e te di: “Koulye a, jete fanm sa deyò prezans mwen e kadnase pòt la dèyè l.”
2SA 13:18 Alò, li te genyen yon rad avèk manch long, paske se te konsa fi vyèj a wa yo te konn abiye an manto. Epi sèvitè l te mennen Tamar deyò e te kadnase pòt la dèyè li.
2SA 13:19 Tamar te mete sann yo sou tèt li e te chire manch long yo nan rad sou li a. Li te mete men li sou tèt li, li te sòti e t ap kriye fò pandan li prale a.
2SA 13:20 Alò, Absalom, frè li a te di li: “Èske Amnon, frè ou a te avèk ou? Men koulye a, rete an silans, sè mwen, li se frè ou. Pa mete afè sa a sou kè ou.” Pou sa, Tamar te rete e te dezole lakay Absalom, frè li a.
2SA 13:21 Alò, lè David te tande tout koze sila yo, li te vin byen fache.
2SA 13:22 Men Absalom pa t pale ak Amnon anyen, ni bon, ni mal; paske Absalom te rayi Amnon akoz li te vyole sè li a, Tamar.
2SA 13:23 Alò, li te vin rive apre dezan nèt ke Absalom te gen moun pou taye lenn mouton Baal-Hatsor ki toupre Ephraïm, e Absalom te envite tout fis a wa yo.
2SA 13:24 Absalom te vin kote wa a e te di: “Gade byen, sèvitè ou a genyen moun k ap taye lenn mouton. Souple, kite wa a avèk sèvitè li yo ale avèk sèvitè ou.”
2SA 13:25 Men wa a te di a Absalom: “Non, fis mwen, se pa tout moun ki pou ale, paske nou va yon fado pou ou.” Malgre li te ankouraje li, li pa t ale, men li te beni li.
2SA 13:26 Alò, Absalom te di: “Si se pa sa, souple kite frè m nan, Amnon, ale avèk nou.” Epi wa a te di li: “Poukisa li dwe ale avèk ou?”
2SA 13:27 Men lè Absalom te ankouraje li, li te kite Amnon avèk tout fis a wa yo ale avèk li.
2SA 13:28 Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.”
2SA 13:29 Sèvitè a Absalom yo te fè Amnon jis jan ke Absalom te kòmande a. Epi tout fis a wa yo te leve monte milèt pa yo e te sove ale.
2SA 13:30 Alò, se te pandan ke yo te nan wout la yon rapò te rive kote David ki te di: “Absalom te frape fè tonbe tout fis a wa yo e nanpwen youn nan yo ki te rete.”
2SA 13:31 Konsa, wa a te leve. Li te chire rad li e te kouche atè, epi tout sèvitè li yo te kanpe akote avèk rad yo chire.
2SA 13:32 Jonadab, fis a Schimea a, frè David la, te reponn: “Pa kite mèt mwen an sipoze ke yo te mete a lanmò tout jennonm yo, fis a wa yo. Se sèl Ammon ki mouri. Se sa ki te entansyon Absalom. Afè sa a te vin detèmine depi jou ke li te vyole sè li a, Tamar.
2SA 13:33 Alò pou sa, pa kite mèt mwen, wa a, pran rapò sa a a kè, ki vle di ‘tout fis a wa yo mouri’, paske se sèl Amnon ki mouri.”
2SA 13:34 Alò, Absalom te sove ale deja. Epi jennonm ki te gadyen an te leve zye li gade e vwala, anpil moun t ap vini soti nan wout la dèyè li akote baz mòn nan.
2SA 13:35 Jonadab te di a wa a: “Gade byen, men fis a wa yo gen tan vini! Menm jan avèk pawòl sèvitè ou a, se konsa sa fèt.”
2SA 13:36 Depi li fin pale a, vwala, fis a wa yo te vini e te leve vwa yo pou te kriye. Konsa, wa a menm, avèk tout sèvitè li yo te kriye byen anmè.
2SA 13:37 Men Absalom te sove ale e te ale kote Talmaï, fis a Ammihur a, wa a Gueschur a. David te kriye fè lamantasyon pou fis li a chak jou.
2SA 13:38 Konsa, Absalom te sove ale nan Gueschur e te rete la, pandan twazan.
2SA 13:39 Wa David te byen vle ale kote Absalom, paske li te pran rekonfò konsènan Amnon, akoz li te mouri.
2SA 14:1 Alò Joab, fis a Tseruja a te vin apèsi ke kè David te apiye anvè Absalom.
2SA 14:2 Pou sa, Joab te voye kote Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou.
2SA 14:3 Apre, ale kote wa a, e pale avèk li konsa”. Epi Joab te mete pawòl nan bouch li pou pale.
2SA 14:4 Alò, lè fanm a Tekoa a te pale a wa a, li te vin tonbe sou figi li e te kouche atè nèt, Li te di: “Sekou, O wa.”
2SA 14:5 Wa a te di li: “Ki pwoblèm ou?” Li te reponn: “Anverite, se yon vèv ke mwen ye, paske mari mwen mouri.
2SA 14:6 Sèvant ou an gen de fis. Men yo de te goumen nan chan an e yo pa t gen pèsòn pou separe yo. Konsa, youn te frape lòt e te touye li.
2SA 14:7 Koulye a, gade byen, tout fanmi an gen tan leve kont sèvant ou an. Y ap mande m lonje ba yo sila ki te frape frè li a, pou nou kab mete li a lanmò pou lavi a frè l ke li te touye a, e vin detwi eritye a tou. Konsa, yo va etenn sèl chabon limen ki rete a, pou kite mari mwen san non, san rès sou fas tè a.”
2SA 14:8 Alò, wa a te di a fanm nan: “Ale lakay ou e mwen va bay lòd pou ou menm.”
2SA 14:9 Fanm Tekoa a te di wa a: “O mèt mwen, wa a, inikite a sou mwen avèk lakay papa m; men kite wa a avèk twòn li an pa koupab.”
2SA 14:10 Konsa, wa a te di: “Nenpòt moun ki pale avè w, mennen li bò kote m e li p ap touche ou ankò.”
2SA 14:11 Alò, li te di: “Souple, kite wa a sonje SENYÈ a, pou vanjè san an pa kontinye detwi, sof ke sa, y ap detwi fis mwen an.” Epi li te di: “Jan SENYÈ a viv la, nanpwen menm yon grenn cheve a fis ou a k ap tonbe atè.”
2SA 14:12 Alò, fanm nan te di: “Souple kite sèvant ou an pale yon mo ak mèt mwen, wa a.” Li te di: “Pale”.
2SA 14:13 Fanm nan te di: “Alò, poukisa ou te fè yon move plan konsa kont pèp Bondye a? Paske nan pale pawòl sila a, se wa a ki koupab, kòmsi wa a pa mennen retounen sila li te ekzile a.
2SA 14:14 Paske anverite, nou va mouri. Se tankou dlo ki gaspiye atè e ki p ap kab ranmase ankò. Men Bondye pa retire lavi, men toujou fè plan pou sila ki ekzile a pa vin jete deyò nèt de Li menm.”
2SA 14:15 Alò, rezon pou sila ke m vini pou pale pawòl sa a de mèt mwen an, wa a, se ke pèp la te fè m pè; pou sa sèvant pa ou a te di a: ‘Kite mwen pale avèk wa a. Petèt wa a va akonpli demann a sèvant li an.’
2SA 14:16 Paske wa a va tande e delivre sèvitè li a soti nan men a nonm ki ta detwi ni mwen, ni fis mwen an sou eritaj Bondye a.
2SA 14:17 Alò, sèvant ou an te di: ‘Souple kite pawòl a mèt mwen an, wa a, vin rekonfòte mwen, paske tankou zanj Bondye a, se konsa mèt mwen an, wa a, ye pou distenge sa ki bon avèk sa ki mal. Epi ke SENYÈ a, Bondye pa ou a, kapab avèk ou.’”
2SA 14:18 Wa a te reponn e te di a fanm nan: “Souple, pa kache pou mwen anyen ke m prè pou mande ou la a.” Epi fanm nan te di: “Kite mèt mwen an, wa a, pale, souple.”
2SA 14:19 Alò, wa a te reponn e te di: “Èske men Joab mele avèk ou nan tout sa?” Epi fanm nan te reponn: “Jan nanm ou viv la, mèt mwen an, wa a, pèsòn pa kab vire ni adwat ni agoch nan anyen ke mèt mwen an, wa a, te pale a. Anverite, se te sèvitè ou a, Joab ki te kòmande mwen. Epi se te li ki te mete tout pawòl sa yo nan bouch sèvant ou an,
2SA 14:20 pou l te kab chanje aparans a bagay yo, sèvitè Joab la te fè bagay sa a. Men mèt mwen an saj, tankou sajès a zanj Bondye a, pou konnen tout sa ki sou tè a.”
2SA 14:21 Alò, wa a te di Joab: “Gade byen, anverite, mwen va fè bagay sa a. Pou sa, ale mennen fè tounen jennonm nan, Absalom.”
2SA 14:22 Joab te tonbe figi atè, kouche nèt e te beni wa a. Epi Joab te di: “Jodi a, sèvitè ou konnen ke li twouve favè nan zye ou, O mèt mwen, wa a, akoz wa a te akonpli demann lan a sèvitè li a.”
2SA 14:23 Konsa, Joab te leve ale Gueschur pou te mennen Absalom Jérusalem.
2SA 14:24 Men wa a te di: “Pa kite li wè figi mwen.” Konsa, Absalom te vire kote pwòp lakay pa li, e li pa t wè figi a wa a.
2SA 14:25 Alò, nan tout Israël, pa t gen lòt moun ki te pi bo ke Absalom, ki te resevwa lwanj tankou li. Soti nan talon pye li jis rive anwo tèt li, pa t gen defo menm.
2SA 14:26 Lè l te konn taye cheve li (ki te fèt nan fen chak ane ke li te koupe li; paske li te lou sou li e pou sa, li te koupe l), li te peze cheve a tèt li nan pèz de-san sik selon balans a wa a.
2SA 14:27 Pou Absalom te ne twa fis ak yon fi ki te rele Tamar. Se te yon fanm ki te byen bèl.
2SA 14:28 Alò, Absalom te viv pandan dezan konplè Jérusalem e pa t wè figi a wa a.
2SA 14:29 Apre, Absalom te voye dèyè Joab, pou l ta voye li kote wa a, men Joab te refize vin kote li. Konsa, li te voye ankò yon dezyèm fwa, men li pa t vini.
2SA 14:30 Pou sa, li te pale a sèvitè yo pa li menm: “Gade, chan Joab la akote pa m nan ki gen sereyal lòj. Ale mete dife ladann”. Konsa sèvitè Absalom yo te mete dife nan chan an.
2SA 14:31 Alò, Joab te leve rive kote Absalom lakay li a. Li te di li: “Poukisa sèvitè ou yo te lage dife nan chan mwen an?”
2SA 14:32 Absalom te reponn Joab: “Gade, mwen te voye dèyè ou, e mwen te di: ‘Vin isit la pou m kab voye ou kote wa a pou mande l: “Poukisa mwen te kite Gueschur? Li ta pi bon pou mwen si m te toujou la.”’ Pou sa, kite mwen wè figi a wa a, e si gen inikite nan mwen, kite li mete m a lanmò.”
2SA 14:33 Konsa, lè Joab te rive kote wa a e te pale li, li te rele Absalom. Konsa, li te rive a wa a e te bese li ba avèk figi li atè devan wa a e wa a te bo Absalom.
2SA 15:1 Alò, li te rive apre sa ke Absalom te fè pwovizyon pou tèt li yon cha avèk cheval ak senkant mesye pou kouri devan li.
2SA 15:2 Absalom te konn leve granmmaten e kanpe akote chemen an devan pòtay la. Konsa, lè yon moun ta gen yon pwosè, e te vin kote wa a pou jijman, Absalom te rele li e di: “Nan ki vil ou sòti?” Epi li ta di: “Sèvitè ou a sòti nan youn nan tribi Israël yo.”
2SA 15:3 Alò, Absalom ta di a li: “Ou wè, ka ou yo bon e jis; men nanpwen pèsòn ki pou koute ou nan non a wa a.”
2SA 15:4 Anplis, Absalom te di: “Oswa ke yon moun ta chwazi mwen jij nan peyi a; alò, konsa chak moun ki te gen yon ka oswa yon pwosè ta kapab vin kote mwen e mwen ta ba li jistis.”
2SA 15:5 Epi lè yon mesye ta vin kote li pou bese li menm devan li, li ta lonje men li, kenbe li e bo li.
2SA 15:6 Nan jan sa a, Absalom te konn aji avèk tout Israël lè yo te pwoche wa a pou jijman. Konsa, Absalom te vòlè kè a mesye Israël yo.
2SA 15:7 Alò, li te rive ke nan fen karant ane ke Absalom te di a Wa a: “Souple, kite mwen ale peye ve ke m te fè a SENYÈ a, nan Hébron.
2SA 15:8 Paske sèvitè ou a te fè yon ve pandan mwen t ap viv Gueschur Aram, e li te di: ‘Si SENYÈ a va vrèman mennen mwen retounen Jérusalem; alò, mwen va sèvi SENYÈ a’”.
2SA 15:9 Wa a te di li: “Ale anpè.” Konsa, li te leve ale Hébron.
2SA 15:10 Men Absalom te voye espyon toupatou pami tout tribi Israël yo. Li te di: “Depi ou tande son a twonpèt la, alò, ou va di: ‘Absalom se wa nan Hébron.’”
2SA 15:11 Konsa, de-san mesye yo te ale avèk Absalom soti Jérusalem. Yo te envite; yo te ale nan inosans, san yo pa konnen anyen.
2SA 15:12 Epi Absalom te voye pou Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis.
2SA 15:13 Alò, yon mesaje te vin kote David. Li te di: “Kè a mesye Israël yo avèk Absalom.”
2SA 15:14 Konsa, David te di a tout sèvitè ki te avèk li yo Jérusalem: “Leve e annou sove ale, paske si se pa sa, nanpwen nan nou ki va chape de Absalom. Ale vit, oswa li va rive sou nou byen vit, fè gwo malè rive sou nou e frape vil la avèk lam nepe.”
2SA 15:15 Alò, sèvitè a wa yo te di a wa a: “Gade, sèvitè ou yo va fè nenpòt sa ke wa a vle.”
2SA 15:16 Konsa, wa a te sòti avèk tout manm lakay li avèk li. Men wa a te kite dis nan ti mennaj li yo pou pran swen kay la.
2SA 15:17 Wa a te sòti e tout pèp la avèk li, e yo te rete nan dènye kay la.
2SA 15:18 Alò, tout sèvitè li yo te pase akote li, tout Keretyen yo avèk tout Peletyen yo ak tout Gatyen yo, sis-san moun ki te vini avèk li soti Gath, te pase devan wa a.
2SA 15:19 Alò, wa a te di a Ittaï, Gatyen an: “Poukisa ou ta ale avèk nou tou? Retounen rete avèk wa a; paske ou se yon etranje e yon egzile de pwòp plas ou.
2SA 15:20 Ayè ou te vini e èske, jodi a, mwen ta dwe fè ou mache egare avèk nou pandan mwen prale kote mwen prale a? Retounen reprann frè ou yo. Ke gras avèk verite kapab avèk ou.”
2SA 15:21 Men Ittaï te reponn wa a. Li te di: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, nenpòt kote ke mèt mwen an, wa a, ye, kit pou mouri, kit pou viv, se la tou sèvitè ou a va ye.”
2SA 15:22 Pou sa, David te di Ittaï: “Ale, janbe lòtbò.” Konsa Ittaï, Gatyen an te janbe avèk tout mesye pa li yo ak tout pitit ki te avèk li yo.
2SA 15:23 Pandan tout peyi a t ap kriye avèk gwo vwa, tout pèp la te pase janbe. Wa a tou te pase janbe flèv Cédron an, e tout pèp la te pase janbe lòtbò vè chemen dezè a.
2SA 15:24 Alò, gade byen, Tsadok te parèt tou, ansanm avèk tout Levit ki t ap pote lach akò Bondye a. Epi yo te poze lach Bondye a e Abithar te monte la jiskaske tout pèp la te fin kite vil la.
2SA 15:25 Wa a te di a Tsadok: “Retounen lach Bondye a nan vil la. Si mwen jwenn favè nan zye Bondye; alò, Li va mennen mwen retounen ankò pou montre mwen a Li menm e a abitasyon pa Li a.
2SA 15:26 Men si Li ta di konsa: ‘Mwen pa gen kè kontan avè w’, gade byen, men mwen, kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.”
2SA 15:27 Wa a te di osi a Tsadok, prèt la: “Èske se pa yon divinò ke ou ye? Retounen nan vil la anpè, de fis ou yo avèk ou, fis ou Achimaats, avèk Jonathan, fis a Abiathar a.
2SA 15:28 Gade, mwen pral tann nan pasaj dezè a jiskaske pawòl ou rive enfòme mwen.”
2SA 15:29 Pou sa, Tsadok avèk Abiathar te retounen lach Bondye a Jérusalem e te rete la.
2SA 15:30 Epi David te monte pant a Mòn Oliv la. Li t ap kriye pandan li t ap monte, tèt li te kouvri e li te mache pye atè. Alò, nan tout moun ki te avèk li yo, chak moun te kouvri tèt yo e t ap monte avèk gwo kriye pandan yo t ap prale.
2SA 15:31 Alò, yon moun te pale David e te di: “Achitophel se pami konplotè avèk Absalom yo.” Epi David te di: “O SENYÈ, mwen priye, redwi a foli tout konsèy a Achitophel la.”
2SA 15:32 Li te rive pandan David t ap pwoche krèt mòn nan, kote yo adore Bondye a, ke vwala, Huschaï, Achit la, te rankontre li avèk manto li chire ak pousyè sou tèt li.
2SA 15:33 David te di li: “Si ou janbe lòtbò avè m; alò, ou va ankonbre m.
2SA 15:34 Men si ou retounen lavil la e di a Absalom: ‘Mwen va sèvi ou, O wa a. Jan mwen te sèvi papa ou nan tan pase a, konsa, mwen va koulye a, devni sèvitè pa ou’, konsa, ou kapab vin kontrekare konsèy Achitophel la pou mwen.
2SA 15:35 Èske Tsadok avèk Abiathar se pa prèt ki avèk ou la a? Pou sa, nenpòt sa ou tande soti lakay wa a, ou va bay rapò a Tsadok avèk Abaithar, prèt yo.
2SA 15:36 Gade byen, de fis pa yo a avèk yo la a, Achimaats, fis a Tsadok a e Jonathan, fis a Abaithar a; epi pa yo menm, ou va voye ban mwen tout bagay ke ou tande yo.”
2SA 15:37 Konsa, Huschaï, zanmi a David la, te antre nan vil la, e Absalom te vini Jérusalem.
2SA 16:1 Alò, lè David te fin depase krèt la, vwala, Tsiba, sèvitè a Méphiboscheth la te rankontre li avèk yon pè bourik avèk makout. Sou yo, te gen de-san pen, yon santèn grap rezen, yon santèn fwi gran sezon ak yon veso diven.
2SA 16:2 Wa a te di a Tsiba: “Poukisa ou genyen sila yo?” Epi Tsiba te di: “Bourik yo se pou manm lakay wa yo monte, pen avèk fwi gran sezon an se pou jennonm yo manje e diven an se pou nenpòt moun ki fin pèdi fòs nan dezè a kab bwè.”
2SA 16:3 Alò, wa a te di: “Epi kote fis a mèt ou a?” Epi Tsiba te di a wa a: “Men vwala, li rete Jérusalem paske li te di: ‘Jodi a, lakay Israël la va restore wayòm papa m nan a mwen menm.’”
2SA 16:4 Konsa, wa a te di a Tsiba: “Men vwala, tout sa ki apatyen a Méphiboscheth se pou ou.” Epi Tsiba te di: “Mwen vin bese devan ou nèt; kite mwen twouve gras nan zye ou, O mèt mwen, wa a!”
2SA 16:5 Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche.
2SA 16:6 Li te jete wòch sou David, sou tout sèvitè a Wa David yo e tout mesye gran kouraj yo te sou men dwat li ak sou men goch li.
2SA 16:7 Konsa, Schimeï te di pandan li t ap voye madichon yo: “Sòti la, sòti la, moun ki vèse san, sanzave!
2SA 16:8 SENYÈ a gen tan mete sou ou tout san koule lakay Saül, nan plas kote ou te renye a! SENYÈ a te lage wayòm nan nan men fis ou, Absalom. Epi gade, ou pran nan pwòp mechanste ou, paske ou se yon nonm ki vèse san!”
2SA 16:9 Alò, Abischai, fis a Tseruja a te di a wa a: “Poukisa chen mouri sa a ta dwe modi mèt mwen an, wa a? Kite mwen janbe ale koupe tèt li.”
2SA 16:10 Men wa a te di: “Kisa mwen gen avè w, O fis a Tseruja? Si li bay madichon, e si SENYÈ a te di li ‘Modi David’, alò, se kilès k ap di: ‘Poukisa ou te fè sa?’”
2SA 16:11 Alò, David te di a Abischaï e a tout sèvitè li yo: “Gade, fis mwen ki te sòti nan mwen an koulye a ap chache lavi m. Konbyen anplis pou Benjamit sila a? Kite li e kite li bay madichon, paske SENYÈ a te pale li.
2SA 16:12 Petèt SENYÈ a va gade afliksyon mwen e remete m bon olye madichon pa sila a nan jou sa a.”
2SA 16:13 Konsa, David avèk mesye pa li yo te fè wout yo. Epi Schimeï te mache akote pant mòn nan vizavi de yo menm. Pandan li t ap prale, li te modi, li te jete wòch, e li te jete pousyè bò kote li.
2SA 16:14 Wa a avèk tout moun ki te avèk li yo te rive byen fatige, e yo te vin rafrechi la.
2SA 16:15 Alò, Absalom avèk tout pèp la, mesye Israël yo te antre Jérusalem e Achitophel avèk li.
2SA 16:16 Konsa, li te vin rive lè Huschaï, Akyen an, zanmi a David la te rive kote Absalom, ke Huschaï te di: “Viv wa a! Viv wa a!”
2SA 16:17 Absalom te di Huschaï: “Èske sa se fidelite ou pou zanmi ou? Poukisa ou pa t ale avèk zanmi ou an?”
2SA 16:18 Epi Huschaï te di a Absalom: “Non, paske sila ke SENYÈ a, pèp sa a e tout mesye Israël yo te chwazi a, se pou li menm, mwen va ye, e avèk li menm, mwen va rete.
2SA 16:19 Anplis de sa, se kilès pou m ta sèvi? Se pa nan prezans a fis li a? Jis jan ke m te sèvi nan prezans papa ou a, konsa mwen va ye nan prezans pa w.”
2SA 16:20 Alò, Absalom te di a Achitophel: “Ban m konsèy pa w Kisa nou dwe fè?”
2SA 16:21 Achitophel te di a Absalom: “Antre nan ti mennaj papa ou te lese pou okipe kay la; epi tout Israël va tande ke ou te fè tèt ou rayisab a papa ou. Anplis, men a tout sila ki avèk ou yo va vin ranfòse.”
2SA 16:22 Konsa yo te monte yon tant anwo tèt kay la, epi Absalom te antre nan relasyon seksyèl ak tout konkibin papa l yo, devan zye a tout Israël.
2SA 16:23 Konsèy a Achitophel te konn bay nan jou sa yo te konsidere tankou si yon moun te mande konsèy a pawòl Bondye. Se te konsa tout konsèy Achitophel te ye pou David ak Absalom.
2SA 17:1 Anplis, Achitophel te di a Absalom: “Souple, kite mwen chwazi douz-mil òm pou m kab leve kouri dèyè David aswè a menm.
2SA 17:2 Mwen va vini sou li pandan li fatige e bouke e fè l vin sezi pou tout moun ki avèk li yo kouri ale. Konsa, se sèl wa a mwen va frape touye,
2SA 17:3 epi mwen va fè retounen tout moun yo a ou menm. Retou a tout moun yo depann de nonm ou chache a; answit, tout pèp la va anpè.”
2SA 17:4 Konsa, plan an te fè Absalom avèk tout ansyen Israël yo kontan.
2SA 17:5 Alò, Absalom te di: “Alò, rele Huschaï, Akyen an tou e annou tande sa ke li gen pou di.”
2SA 17:6 Lè Huschaï te rive a Absalom, Absalom te di li: “Achitophel te pale konsa. Èske nou dwe fè plan pa li a? Si se pa sa, pale.”
2SA 17:7 Konsa, Huschaï te di a Absalom: “Fwa sa a, konsèy ke Achitophel te bay la, pa bon.”
2SA 17:8 Anplis, Huschaï te di: “Ou konnen papa ou avèk mesye pa li yo se mesye plen kouraj e fewòs, tankou yon lous ki pèdi pitit li nan chan. Epi papa ou gen gwo eksperyans lagè e li p ap pase nwit lan avèk pèp la.
2SA 17:9 Gade byen, depi koulye a, li gen tan kache nan youn nan kavèn yo oswa nan yon lòt plas; epi li va rive ke lè li tonbe sou yo nan premye atak la, ke nenpòt moun ki tande va di: ‘Gen yon masak ki fèt pami moun ki swiv Absalom yo.’
2SA 17:10 Epi menm sila ki gen gwo kouraj yo, ki gen kè tankou kè a lyon yo, va vin pèdi kouraj nèt; paske tout Israël konnen ke papa ou se yon nonm pwisan e sila ki avèk li yo se mesye vanyan.
2SA 17:11 Men konsèy pa m se ke tout Israël vin, anverite, rasanble bò kote ou, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, tankou sab bò lanmè an gran kantite, e ke ou menm, pèsonèlman antre nan batay la.
2SA 17:12 Konsa, nou va vini sou li nan plas kote li kapab twouve yo, nou va tonbe sou li tankou lawouze tonbe atè; epi konsènan li avèk tout mesye ki avèk li yo, p ap gen menm youn ki rete.
2SA 17:13 Si li retire li nan yon vil, alò, tout Israël va mennen kòd kote vil sila a e yo va rale li nèt antre nan vale a jis nanpwen yon ti wòch ki rete.”
2SA 17:14 Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom.
2SA 17:15 Epi Huschaï te di a Tsadok avèk Abiathar, prèt yo: “Sa se konsèy sa a ke Achitophel te bay Absalom avèk ansyen a Israël yo e se sa ke mwen te konseye.
2SA 17:16 Alò, pou sa, voye vit pale David e di: ‘Pa pase nwit lan kote ki pou janbe dlo rive nan dezè a, men fè sèten ke nou janbe, oswa wa a avèk tout moun ki avèk li yo va vin detwi.’”
2SA 17:17 Alò, Jonathan avèk Achimaats te rete En-Rougel. Yon sèvant te gen pou ale pale yo pou yo ta ale avèti Wa David, paske yo pa t kapab kite moun wè yo antre nan vil la.
2SA 17:18 Men yon gason te wè yo kanmenm e te di Absalom. Pou sa, yo te pati vit rive lakay a yon mesye Bachurim ki te gen yon pwi nan lakou a, e yo te desann antre ladann.
2SA 17:19 Konsa, fanm nan te pran yon kouvèti. Li te ouvri li sou bouch pwi a, e li te gaye sereyal sou li jiskaske yo pa t konnen anyen.
2SA 17:20 Alò, sèvitè a Absalom yo te vin kote fanm nan lakay li e te di: “Kote Achimaats avèk Jonathan?” Epi fanm nan te di yo: “Yo fin janbe dlo a.” Konsa, lè yo te chache e pa t kab jwenn yo, yo te retounen Jérusalem.
2SA 17:21 Li te vin rive lè yo te fin ale ke yo te monte sòti nan pwi a, yo te ale pale Wa David e yo te di David: “Leve, travèse dlo a byen vit paske Achitophel te bay konsèy kont ou.”
2SA 17:22 Alò, David avèk tout moun ki te avèk li yo te leve janbe Jourdain an. Lè solèy te vin leve, pa t gen youn ki rete ki pa t janbe Jourdain an.
2SA 17:23 Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.
2SA 17:24 Alò, David te rive Mahanaïm. Epi Absalom te travèse Jourdain an, li menm avèk tout mesye Israël yo avèk yo.
2SA 17:25 Absalom te mete Amasa sou tèt lame a nan plas Joab. Alò Amasa te fis a yon mesye ki te rele Jithra, Izrayelit la, ki te antre nan Abigail, fi a Nachasch, sè a Tseruja a, manman a Joab.
2SA 17:26 Epi Israël avèk Absalom te fè kan nan peyi Galaad la.
2SA 17:27 Alò, lè David te vini Mahanaïm, Schobi, fis a Nachasch ki sòti Rabba a, a fis Ammon yo, Makir, fis a Ammiel Lodebar a ak Barzillaï, Galaadit Roguelim nan,
2SA 17:28 te pote kabann yo, basen yo, po kanari yo, ble, lòj, farin, sereyal boukannen, pwa, pwa lantiy, avèk grenn boukannen,
2SA 17:29 siwo myèl, bòl lèt, mouton ak fwomaj ki sòti nan twoupo a, pou David ak moun ki te avèk li yo ta manje. Paske yo te di: “Pèp la grangou, fatige e swaf nan dezè a.”
2SA 18:1 Alò, David te konte moun ki te avèk li yo e te plase sou yo chèf dè milye e chèf dè santèn.
2SA 18:2 David te voye moun yo deyò, yon tyè anba lòd Joab, yon tyè anba lòd Abischaï, fis a Tseruja a, frè Joab la ak yon tyè anba lòd Ittaï, Gatyen an. Epi wa a te di a moun yo: “Mwen menm va anverite, sòti avèk nou tou.”
2SA 18:3 Men moun yo te di: “Ou pa dwe sòti; paske si nou vrèman sove ale, yo p ap okipe nou; menm si mwatye ta mouri, yo p ap okipe nou. Men valè pa w vo di-mil a nou menm; pou rezon sa a, li pi bon pou ede nou soti nan vil la.”
2SA 18:4 Alò wa a te di yo: “Nenpòt sa ki sanble bon a nou menm, se sa m ap fè.” Pou sa, wa a te kanpe akote pòtay la e tout moun yo te sòti pa santèn e pa milye.
2SA 18:5 Wa a te bay lòd a Joab avèk Abischaï avèk Ittaï e te di: “Pou koz mwen, aji dousman avèk jennonm nan, Absalom.” Epi tout moun yo te tande lè wa a te pase lòd a tout chèf yo sou Absalom an.
2SA 18:6 Alò, moun yo te antre nan chan kont Israël e batay la te fèt nan forè Ephraïm nan.
2SA 18:7 Moun Israël yo te bat la devan sèvitè a David yo e masak la te byen gwo, ven-mil òm.
2SA 18:8 Paske batay la te gaye sou tout tèritwa peyi a e forè a te devore plis moun nan jou sa a ke nepe ta devore.
2SA 18:9 Alò, Absalom te vin rankontre sèvitè a David yo. Paske Absalom te monte sou milèt li e milèt la te antre anba gwo branch a yon gwo bwadchenn. Epi tèt li te kole rèd nan chenn nan e li te vin kwoke antre syèl avèk tè a, pandan milèt la anba li t ap kontinye ale.
2SA 18:10 Lè yon sèten mesye te wè sa, li te pale Joab, e te di: “Gade byen, mwen te wè Absalom pandye nan yon gwo bwadchenn.”
2SA 18:11 Epi Joab te di a mesye ki te di sa a: “Gade, ou te wè l? Poukisa konsa ou pa t frape li la pou l tonbe atè? Konsa, mwen ta ba ou dis pyès ajan avèk yon senti.”
2SA 18:12 Mesye a te di Joab: “Menm si mwen ta resevwa mil pyès ajan nan men m, mwen pa t ap lonje men m kont fis a wa a; paske nan tande nou, wa a te kòmande ou avèk Abischaï ak Ittaï, e te di: ‘Pwoteje pou mwen jennonm nan, Absalom!’
2SA 18:13 Otreman, si m te aji nan mechanste kont lavi li (e nanpwen anyen ki kache a wa a), alò, ou menm ta kanpe lwen de sa.”
2SA 18:14 Joab te di: “Mwen p ap gaspiye tan avè w isit la.” Konsa, li te pran twa frenn nan men l e li te frennen fè yo pase sou kè Absalom pandan li te toujou vivan nan mitan bwadchenn nan.
2SA 18:15 Epi dis jennonm ki te pote zam pou Joab yo te antoure li, yo te frape Absalom e te touye li.
2SA 18:16 Alò, Joab te soufle twonpèt la e moun yo te retounen soti kouri dèyè Israël, paske Joab te ralanti moun yo.
2SA 18:17 Yo te pran Absalom, yo te jete li nan yon gwo twou vid nan mitan forè a e te monte sou li yon gwo pil wòch. Epi tout Israël te sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo.
2SA 18:18 Alò, Absalom, pandan lavi li te fè monte pou li menm yon gwo pilye ki nan Vale a Wa a, paske li te di: “Mwen pa gen fis pou prezève non mwen.” Konsa, li te rele pilye a pa non li e li rele Moniman Absalom jis rive jodi a.
2SA 18:19 Alò, Achimaats, fis a Tsadok la te di: “Souple, kite mwen kouri pote nouvèl la bay wa a ke SENYÈ a gen tan delivre li anba men lènmi li yo.”
2SA 18:20 Men Joab te di li: “Ou menm se pa nonm ki pou pote nouvèl la nan jou sa a, malgre ke ou va pote li yon lòt jou, men ou p ap pote li jodi a, paske fis a wa a mouri.”
2SA 18:21 Alò, Joab te di a Etyopyen an: “Ale, pale wa a sa ou te wè a.” Konsa, Etyopyen an te bese devan Joab e te kouri ale.
2SA 18:22 Alò, Achimaats, fis a Tsadok la te di yon lòt fwa a Joab: “Malgre nenpòt sa ki rive, kite mwen tou kouri dèyè Etyopyen an.” Epi Joab te di: “Poukisa ou ta kouri, fis mwen, kòmsi ou p ap twouve rekonpans pou ale a?”
2SA 18:23 “Malgre sa ki rive”, li te di: “Mwen va kouri”. Epi Achimaats te kouri nan wout plèn nan e te vin depase Etyopyen an.
2SA 18:24 Alò, David te chita antre de pòtay yo; epi gadyen an te monte sou twati pòtay sou mi an. Li te leve zye li e te gade. Men vwala, yon nonm ki t ap kouri li sèl a li menm.
2SA 18:25 Gadyen an te kouri pale wa a. Epi wa a te di: “Si se sèl li menm k ap vini, se bòn nouvèl nan bouch li.” Epi li te pwoche pi pre e pi pre toujou.
2SA 18:26 Apre sa, gadyen an te wè yon lòt moun ki t ap kouri; epi gadyen an te rele gadyen pòtay la e te di: “Gade byen, gen yon lòt moun k ap kouri pou kont li.” Epi wa a te di: “Sila a tou ap pote bòn nouvèl.”
2SA 18:27 Gadyen an te di: “Mwen kwè ke kouri a premye a sanble kouri a Achimaats, fis a Tsadok la.” Epi wa a te di: “Sa se yon bon mesye e li pote bòn nouvèl.”
2SA 18:28 Achimaats te rele e te di a wa a: “Tout bagay sòti byen.” Epi li te bese figi atè devan wa a, e li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te livre bay mesye ki te leve men kont mèt mwen an, wa a.”
2SA 18:29 Wa a te di: “Èske tout bagay byen avèk jennonm nan, Absalom?” Epi Achimaats te reponn: “Lè Joab te voye sèvitè a wa a, sèvitè ou menm nan, mwen te wè yon gwo zen; men mwen pa t konnen kisa.”
2SA 18:30 Epi wa a te di: “Mete ou akote e kanpe la.” Konsa, li te mete li akote e te kanpe tann la.
2SA 18:31 Gade byen, Etyopyen an te rive e Etyopyen an te di: “Kite mèt mwen an, wa a resevwa bòn nouvèl; paske SENYÈ a te delivre ou nan jou sa a soti nan men a tout sila ki te leve kont ou yo.”
2SA 18:32 Alò, wa a te di a Etyopyen an: “Èske sa byen avèk jennonm nan, Absalom?” Epi Etyopyen an te reponn: “Kite lènmi a mèt mwen yo, wa a, ak tout moun ki leve kont ou pou mal yo, devni tankou jennonm sila a!”
2SA 18:33 Wa a te sezi avèk emosyon e te monte nan chanm nan sou pòtay la pou te kriye. Epi konsa li te di pandan li t ap mache: “O fis mwen Absalom, fis mwen, fis mwen Absalom! Pito se te mwen ki te mouri olye de ou menm, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”
2SA 19:1 Alò, li te pale a Joab: “Gade byen, wa a ap kriye e fè lamantasyon pou Absalom.”
2SA 19:2 Viktwa a jou sa a te boulvèse vin fè dèy pou tout pèp la. Paske moun ki te tande li yo nan jou sa a te di: “Wa a ap lamante pou fis li a.”
2SA 19:3 Konsa, moun yo te antre nan vil la nan jou sa a kòmsi an sekrè tankou yon pèp ki imilye e kouri kache pou kite batay la.
2SA 19:4 Wa a te kouvri figi li e te kriye fò avèk yon gwo vwa: “O fis mwen, Absalom, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”
2SA 19:5 Alò, Joab te antre nan kay la vè wa a. Li te di: “Jodi a, ou te kouvri avèk lawont tout figi a tout sèvitè ou yo, ki, jodi a, te sove lavi ou, lavi a fis ou yo ak fi ou yo, lavi a madanm ou yo ak lavi a ti mennaj ou yo,
2SA 19:6 akoz ou te vin renmen sila ki rayi ou yo, e rayi sila ki renmen ou yo. Paske ou te montre nan jou sa a ke prens yo avèk sèvitè ou yo pa anyen a ou menm. Paske mwen vin aprann nan jou sa a ke si Absalom te vivan e nou tout te fin mouri, ke ou ta gen kè kontan.
2SA 19:7 Alò, pou sa, leve ale deyò a pou pale pawòl ki dous avèk sèvitè ou yo. Paske mwen sèmante pa SENYÈ a ke si ou pa sòti deyò, anverite, p ap gen yon moun k ap pase nwit lan avèk ou e sa va pi mal pou ou pase tout lòt mal ki gen tan parèt sou ou soti nan jenès ou jis rive koulye a.”
2SA 19:8 Pou sa, wa a te leve chita nan pòtay la. Lè yo te pale tout pèp la e te di: “Men vwala, wa a chita nan pòtay la,” alò, tout pèp la te vini devan wa a. Alò, Israël te fin sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo.
2SA 19:9 Tout pèp la t ap fè kont pami tout tribi Israël yo, e t ap di: “Wa a te delivre nou soti nan men a lènmi nou yo e te sove nou soti nan men a Filisten yo; men koulye a, li gen tan sove ale kite peyi a devan Absalom.
2SA 19:10 Malgre sa, Absalom, ke nou te onksyone sou nou an, te mouri nan batay la. Alò, pou sa, poukisa nou rete san pale nan afè mennen wa a fè l tounen an?”
2SA 19:11 Epi Wa David te voye kote Tsadok ak Abiathar, prèt yo, e te di: “Pale avèk ansyen Juda yo e di: ‘Poukisa se nou ki dènye pou mennen fè wa a tounen lakay li a, depi pawòl a tout Israël la gen tan rive vè wa a, menm kote lakay li?
2SA 19:12 Nou menm se frè m; nou se zo a zo mwen e chè a chè mwen. Poukisa konsa nou ta dwe dènye pou mennen wa a fè l tounen?’
2SA 19:13 Di Amasa: ‘Èske ou pa zo a zo mwen e chè a chè mwen? Ke Bondye ta fè sa pou mwen e menm plis si se pa ou menm ki va chèf lame devan mwen nèt nan plas Joab.’”
2SA 19:14 Konsa, li te vire kè tout mesye Juda yo tankou se te yon sèl moun, jiskaske yo te voye vè wa a e te di: “Retounen, ou menm avèk tout sèvitè ou yo.”
2SA 19:15 Alò, wa a te retounen e te vin jis nan Rivyè Jourdain an. Epi Juda te vini Guilgal pou rankontre wa a, pou mennen wa a travèse Jourdain an.
2SA 19:16 Epi Schimeï, fis a Guéra a, Benjamit ki sòti Bachurim nan te fè vit vin desann avèk mesye Juda yo pou rankontre Wa David.
2SA 19:17 Te gen mil mesye Benjamin avèk li, avèk Tsiba, sèvitè lakay Saül la, kenz fis li yo avèk ven sèvitè yo avèk li; epi yo te prese rive nan Jourdain an avan wa a.
2SA 19:18 Alò, yo te kontinye travèse kote pou janbe a pou fè travèse fanmi a wa a; epi pou fè sa ki bon nan zye li. Epi Schimeï, fis a Guéra a te tonbe ba devan wa a pandan li t ap prepare pou travèse Jourdain an.
2SA 19:19 Konsa, li te di a wa a: “Pa kite mèt mwen konsidere mwen kòm koupab, ni sonje mal ke sèvitè ou te fè nan jou lè mèt mwen an, wa a, te sòti Jérusalem, pou wa a ta pran sa a kè.
2SA 19:20 Paske sèvitè ou konnen ke mwen te peche. Pou sa, gade byen, mwen te rive la jodi a, premyèman nan tout kay Joseph la pou ale desann rankontre mèt mwen an, wa a.”
2SA 19:21 Men Abischaï, fis a Tseruja a te di: “Èske Schimeï pa ta dwe mete a lanmò pou sa, akoz li te modi onksyone a SENYÈ a?”
2SA 19:22 Epi David te di: “Kisa mwen gen pou fè avèk nou, O fis a Tseruja yo, pou nou ta nan jou sila a devni advèsè mwen? Èske okenn moun ta mete a lanmò an Israël jodi a?” Paske èske mwen pa konnen ke se mwen ki wa sou Israël jodi a?
2SA 19:23 Wa a te di a Schimeï: “Ou p ap mouri.” Konsa wa a te sèmante a li menm.
2SA 19:24 EpiMéphiboscheth, fis a Saül la te desann rankontre wa a. Li pa t okipe pye li, ni taye moustach li, ni lave rad li, depi wa a te pati a jis rive jou ke li te retounen lakay li anpè a.
2SA 19:25 Se te lè li te vini Jérusalem pou rankontre wa a ke wa a te di li: “Poukisa ou pa t ale avè m, Méphiboscheth?”
2SA 19:26 Konsa, li te reponn: “O mèt mwen, wa a, sèvitè mwen an te twonpe m. Paske sèvitè ou a te di: ‘Mwen va sele yon bourik pou mwen menm pou m kab monte sou li pou ale avèk wa a,’ akoz sèvitè ou a bwete.
2SA 19:27 Anplis, li te pale vye bagay a sèvitè ou a mèt mwen, wa a, men mèt mwen an, wa a, se tankou zanj Bondye a. Pou sa, fè sa ki bon nan zye ou.
2SA 19:28 Paske tout manm lakay papa m pa t plis ke moun mouri devan mèt mwen an, wa a. Malgre ou te mete sèvitè ou pami sila ki te manje sou pwòp tab pa ou. Ki dwa mwen gen pou m ta plenyen anplis a wa a?”
2SA 19:29 Konsa, wa a te di li: “Poukisa ou pale toujou nan enterè pa w? Mwen gen tan pran desizyon, ‘Ou avèk Ziba va divize tè a.’”
2SA 19:30 Méphiboscheth te di a wa a: “Kite li menm vin pran tout pou li menm, akoz mèt mwen, wa a, gen tan retounen nan pwòp kay li.”
2SA 19:31 Alò Barzillaï, Gadit la te vin desann soti Roguelim e li te ale nan Jourdain an avèk wa a pou akonpanye li travèse Jourdain an.
2SA 19:32 Alò, Barzillaï te granmoun anpil, avèk laj a katre-ventan. Li te bay soutyen a wa a pandan li te rete Mahanaïm, paske li te yon nonm byen enpòtan.
2SA 19:33 Wa a te di a Barzillaï: “Vin travèse avèk mwen e mwen va ba ou soutyen Jérusalem bò kote mwen.”
2SA 19:34 Men Barzillaï te di a wa a: “Se pou konbyen de tan ke m ap viv toujou pou m ta monte ak wa a Jérusalem?
2SA 19:35 Mwen menm, koulye a, mwen nan katre-ventan daj. Èske mwen kapab distenge antre sa ki bon ak sa ki mal? Oswa èske sèvitè ou a kapab goute sa ke m manje, oswa sa ke m bwè? Oswa èske mwen kapab ankò tande vwa lè gason ak fi ap chante? Alò, poukisa sèvitè ou ta dwe devni yon chaj anplis a mèt mwen an, wa a?
2SA 19:36 Sèvitè ou ta sèlman pito travèse Jourdain an avèk wa a. Poukisa wa a ta dwe ban m rekonpans avèk byenfezans sila a?
2SA 19:37 Souple, kite sèvitè ou retounen, pou m kab mouri nan pwòp vil pa m, toupre tonm a papa m avèk manman m. Malgre sa, men sèvitè ou, Kimham; kite li travèse avèk mèt mwen an, wa a e fè pou li sa ki bon nan zye ou.”
2SA 19:38 Wa a te reponn: “Kimham va travèse avè m e mwen va fè pou li sa ki bon nan zye pa w. Nenpòt sa ke ou vle m fè m ap fè l pou ou.”
2SA 19:39 Tout moun yo te travèse Jourdain an e wa a te travèse tou. Epi wa a te bo Barzillaï. Li te beni li e li te retounen nan plas li.
2SA 19:40 Koulye a, wa a te avanse rive Guilgal, Kimham te kontinye avèk li. Epi tout pèp Juda a avèk la mwatye nan pèp Israël la te akonpanye wa a.
2SA 19:41 Epi vwala, tout mesye Israël yo te vin kote wa a e te di a wa a: “Poukisa frè nou yo, mesye Juda yo te vin vòlè ou? Yo te pati avè w, yo te mennen wa a avèk tout lakay li ak tout mesye David yo avèk li, vin janbe Jourdain an.”
2SA 19:42 Epi tout mesye Juda yo te reponn mesye Israël yo: “Akoz wa a toupre fanmi a nou. Poukisa konsa nou vin fache akoz afè sila a? Èske nou te manje yon bagay sou kont a wa a, oubyen èske yon bagay te vin separe bannou?”
2SA 19:43 Men mesye Israël yo te reponn mesye Juda yo e te di: “Nou gen dis pati nan wa a; pou sa, nou osi gen plis pati nan David pase ou! Poukisa konsa, ou vin meprize nou? Èske se pa t konsèy pa nou premyèman pou fè wa a tounen?” Men pawòl a Juda yo te pi rèd pase pawòl a Israël yo.
2SA 20:1 Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”
2SA 20:2 Konsa, tout mesye Israël yo te sispann swiv David, e yo te swiv Schéba, fis a Bicri a. Men mesye Juda yo te rete lwayal a wa pa yo a, soti nan Jourdain an, jis rive Jérusalem.
2SA 20:3 David te rive kote lakay li Jérusalem. Epi wa a te pran dis fanm sa yo, ti mennaj ke li te kite pou okipe kay la. Li te mete yo sou siveyans e te bay yo manje, men li pa t antre nan yo. Konsa, yo te rete fèmen jis rive jou ke yo te mouri an e te viv tankou vèv.
2SA 20:4 Alò, wa a te di a Amasa: “Rele fè sòti pou mwen mesye Juda yo avan twa jou e ou menm, vin prezan isit la.”
2SA 20:5 Konsa, Amasa te ale rele mesye Juda yo, men li te pran reta plis tan ke li te dwe pran an.
2SA 20:6 Epi David te di a Abischaï: “Koulye a Schéba, fis a Bicri a, va fè nou plis mal ke Absalom. Pran sèvitè mèt ou yo e kouri dèyè li, pou li pa twouve pou kont li vil ki ranfòse pou chape devan zye nou.”
2SA 20:7 Konsa, mesye Abischaï yo te sòti dèyè li, ansanm avèk Keretyen yo, Peletyen yo ak tout mesye vanyan yo. Epi yo te kite Jérusalem pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.
2SA 20:8 Lè yo te la nan gwo wòch ki Gabaon an, Amasa te vin rankontre yo. Alò Joab te abiye an vètman militè e sou li, te gen yon sentiwon avèk yon nepe nan fouwo li ki te tache nan senti li; epi pandan li t ap avanse, nepe a te vin tonbe parèt.
2SA 20:9 Joab te di Amasa: “Èske sa byen avèk ou, frè m?” Epi Joab te kenbe Amasa pa bab li avèk men dwat pou bo li.
2SA 20:10 Men Amasa pa t veye kont nepe ki te nan men Joab la. Konsa, li te frape li nan vant avèk li e zantray li te vide tonbe atè e san frape l ankò, li te mouri. Alò Joab avèk Abischaï, frè li a, te kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.
2SA 20:11 Alò, akote li, te kanpe youn nan jennonm a Joab yo, ki te di: “Nenpòt moun ki pou Joab e nenpòt moun ki pou David, kite li swiv Joab.”
2SA 20:12 Men Amasa te kouche tòde vire nan san li nan mitan granchemen an. Epi lè nonm nan te wè ke tout moun te kanpe, li te deplase Amasa soti nan granchemen an rive nan chan an e li te jete yon vètman sou li lè li te wè ke tout moun ki te pase kote li te vin kanpe.
2SA 20:13 Depi li te rete sou granchemen an, tout mesye yo te pase ale dèyè Joab pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.
2SA 20:14 Alò, li te pase nan tout tribi Israël yo jis rive Abel, menm jis nan Beth-Maaca ak tout Berit yo. Yo te rasanble ansanm pou te ale dèyè li tou.
2SA 20:15 Yo te vin fè syèj sou li nan Abel Beth-Maaca. Yo te monte yon ran syèj kont vil la. Li te kanpe rive nan mi ranpa e tout moun ki te avèk Joab yo t ap kraze pou yo fè mi an tonbe.
2SA 20:16 Epi yon fanm lespri te rele soti nan vil la: “Koute, koute! Souple di Joab: ‘Vin isit la pou m kab pale avèk ou.’ Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.”
2SA 20:17 Konsa, li te pwoche li e fanm nan te di: “Èske se Joab ke ou ye?” Epi li te reponn: “Se mwen”. Alò, li te di li: “Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.”
2SA 20:18 Epi li te pale e te di: “Lontan yo te konn di: ‘Yo va anverite mande konsèy nan Abel,’ e se konsa, yo te rezoud pwoblèm nan.
2SA 20:19 Mwen pami sila ki pezib e fidèl an Israël yo. W ap chache detwi yon vil, menm yon manman an Israël. Poukisa ou ta anglouti tout eritaj SENYÈ a?”
2SA 20:20 Joab te reponn: “Lwen de sa, lwen de mwen pou mwen ta anglouti, oswa detwi!
2SA 20:21 Se pa konsa ka a ye! Men yon nonm soti nan peyi ti mòn Ephraïm nan, Schéba, fis a Bicri a, selon non li, li te leve men li kont Wa David. Sèlman, lonje bannou li e mwen va kite vil la.” Epi fanm nan te di a Joab: “Gade byen, se tèt li m ap jete ba ou sou mi an.”
2SA 20:22 Alò, fanm lespri a te vin kote tout pèp la. Epi yo te koupe tèt aSchéba, fis Bicri a e te jete li bay Joab. Konsa, li te soufle twonpèt la e yo te lèse kite vil la. Chak moun te ale kote tant pa yo. Joab, anplis, te retounen kote wa a Jérusalem.
2SA 20:23 Alò, Joab te sou tèt tout lame Israël la e Benaja, fis a Jehojada a te sou Keretyen yo avèk Peletyen yo;
2SA 20:24 epi Adoram te sou travay fòse a e Josaphat, fis a Achilud la te grefye a;
2SA 20:25 epi Scheja te sekretè a e Tsadok avèk Abiathar te prèt;
2SA 20:26 epi Ira, Jayirit la te yon prèt osi pou David.
2SA 21:1 Alò, te gen yon gwo grangou nan jou a David yo pandan twazan, ane apre ane. Epi David te chache prezans a SENYÈ a. SENYÈ a te di: “Se akoz Saül ak kay sanglan li an, akoz li te mete Gabawonit yo a lanmò.”
2SA 21:2 Pou sa, wa a te rele Gabawonit yo pou te pale yo. (Alò, Gabawonit yo pa t nan fis Israël yo men yo te nan retay Amoreyen yo e fis Israël yo te fè yon akò avèk yo. Men Saül te chache touye yo nan zèl li genyen pou fis a Juda yo avèk Israël yo.)
2SA 21:3 Konsa, David te di a Gabawonit yo: “Kisa mwen ta dwe fè pou nou? Epi kijan mwen kapab fè ekspiyasyon, pou nou kapab vin beni eritaj SENYÈ a?”
2SA 21:4 Alò, Gabawonit yo te di li: “Nou pa sou afè ajan, ni lò avèk Saül, ni lakay li, ni pou nou ta mete okenn moun a lanmò an Israël.” Epi li te di: “Mwen va fè pou nou nenpòt sa ke nou mande.”
2SA 21:5 Pou sa, yo te di a wa a: “Nonm ki te vin manje nou an e ki te fè plan pou detwi nou nèt la rache nou soti nan lizyè Israël la,
2SA 21:6 kite sèt mesye soti nan fis li yo vin bay a nou menm. E nou va pann yo devan SENYÈ a nan Guibea pou Saül, sila ki te chwazi pa SENYÈ a.” Epi wa a te di: “Mwen va bay yo.”
2SA 21:7 Men wa a te bay pwotèj a Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül la, akoz sèman a SENYÈ a ki te fèt antre yo, antre David ak fis a Saül la, Jonathan.
2SA 21:8 Konsa, wa a te pran de fis a Ritspa yo avèk fi a Ajja a, Armoni ak Méphiboscheth ke li te fè pou Saül la, senk fis a Mérab yo, fi a Saül la, ke li te fè pou Adriel, fis a Barzillaï a, Meyolayit la;
2SA 21:9 Epi li te livre yo nan men a Gabawonit yo e yo te pandye yo nan mòn nan devan SENYÈ a, jiskaske yo sèt te tonbe ansanm. Yo te mete a lanmò nan premye jou a rekòlt la, nan kòmansman rekòlt lòj la.
2SA 21:10 Epi Rizpa, fi a Ajja a te pran twal sak e te ouvri li sou wòch la, soti nan kòmansman rekòlt la jiskaske li te fè lapli sou yo soti nan syèl la. Li pa t kite ni zwazo syèl yo vin poze sou yo nan lajounen, ni bèt chan yo pandan lannwit.
2SA 21:11 Lè li te pale a David sa ke Rizpa, fi a Ajja a, ti mennaj a Saül la te fè a,
2SA 21:12 alò, David te ale pran zo a Saül ak zo a Jonathan, fis li a soti nan men a mesye Jabès-Galaad la, ki te vòlè yo nan laplas Beth-Schan kote Filisten yo te pandye yo nan jou ke Filisten yo te frape Saül nan Guilboa a.
2SA 21:13 Li te mennen zo a Saül ak zo a Jonathan yo monte, fis li soti la e yo te ranmase zo a sila ki te pandye yo.
2SA 21:14 Yo te antere zo a Saül yo avèk Jonathan, fis li nan peyi Benjamin nan Tséla, nan tonm a Kis, papa li. Konsa, yo te fè tout sa ke wa a te kòmande yo. Apre sa, Bondye te satisfè akoz lapriyè pou peyi a.
2SA 21:15 Alò, lè Filisten yo te fè lagè ankò avèk Israël, David te desann avèk sèvitè li yo. Epi pandan yo t ap goumen kont Filisten yo, David te vin bouke.
2SA 21:16 Epi Jischbi-Benob ki te pami desandan a jeyan yo, avèk yon lans ki te peze twa-san sik an bwonz, te gen yon nepe nèf nan senti l e li te gen entansyon pou l ta touye David.
2SA 21:17 Men Abischaï, fis a Tseruja a te ede li, li te frape Filisten an pou te touye li. Epi mesye David yo te fè ve a li e te di: “Wa David, ou p ap sòti avèk nou ankò nan batay la pou ou pa vin etenn lanp Israël la.”
2SA 21:18 Alò, li te vin rive apre sa ke te gen lagè ankò avèk Filisten yo nan Gob. Epi Sibbecaï, Oushatit la te frape Saph, ki te pami desandan a jeyan yo.
2SA 21:19 Te gen gè avèk Filisten yo ankò Gob e Elchanan, fis a Jaaré-Oreguim nan Bethléhem te touye Goliath, moun Gath la. Shaf lans li an te tankou travès a yon machin yo konn tise.
2SA 21:20 Te gen lagè avèk Gath ankò, kote te gen yon mesye gran tay avèk sis dwèt nan chak men ak sis zòtèy nan chak pye, venn-kat antou. Li menm osi te ne de jeyan yo.
2SA 21:21 Lè li te leve tèt li kont Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te frape li.
2SA 21:22 Se kat sila yo ki te ne de jeyan nan Gath yo, e yo te tonbe pa men David e pa men a sèvitè li yo.
2SA 22:1 David te pale pawòl a chan sila yoa SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül.
2SA 22:2 Li te di: “SENYÈ a se wòch mwen, fòterès mwen ak liberatè mwen;
2SA 22:3 Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila mwen twouve pwotèj la; boukliye e kòn delivrans mwen, sitadèl mwen ak refij mwen. Se konsa mwen va sove devan lènmi mwen yo.
2SA 22:4 Mwen rele a SENYÈ a, ki merite lwanj. Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.
2SA 22:5 Paske volas lanmò te antoure mwen; gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt.
2SA 22:6 Kòd a sejou lanmò te antoure mwen; pèlen lanmò yo te menase m.
2SA 22:7 Nan gran twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a. Wi, mwen te rele a Bondye mwen an. Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m. Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li.
2SA 22:8 Latè te tranble e souke. Fondasyon syèl la t ap tranble. Yo te sonbre, akoz Li te fache.
2SA 22:9 Lafimen te monte sòti nan nen L. Dife soti nan bouch Li a te devore. Chabon te fèt pa li.
2SA 22:10 Anplis, Li te rale bese syèl yo e te desann. Yon tenèb byen pwès te anba pye L yo.
2SA 22:11 Li te monte sou yon cheriben, Li te vole. Li te parèt sou zèl a van an.
2SA 22:12 Li te fè tenèb la yon tant Ki antoure Li, yon vwa dlo, nwaj pwès syèl yo
2SA 22:13 soti nan gran klète devan L, Bout chabon dife yo vin limen.
2SA 22:14 SENYÈ a te eklate depi nan syèl la, e vwa Pli Wo a te reponn.
2SA 22:15 Li te lanse flèch pou te gaye yo. Loray! E yo te sove ale.
2SA 22:16 Kanal lanmè yo te vin parèt. Fondasyon mond lan te dekouvri nèt, pa repwoch SENYÈ a, ak fòs van a ki soti nan ne l lan.
2SA 22:17 Li te voye soti anwo, Li te pran m. Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
2SA 22:18 Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò, Soti nan sila ki te rayi mwen yo. Paske yo te twò fò pou mwen.
2SA 22:19 Yo te kanpe parèt devan m nan jou gran doulè a, Men SENYÈ a te soutyen mwen.
2SA 22:20 Anplis, Li te mennen m nan yon kote byen laj. Li te fè m chape, paske Li te kontan anpil avè m.
2SA 22:21 SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans.
2SA 22:22 Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a. Mwen pa t aji avèk mechanste kont Bondye mwen an.
2SA 22:23 Paske tout òdonans Li yo te devan m. Règleman Li yo, mwen pa t janm kite.
2SA 22:24 Anplis, mwen te san fot devan L. Mwen te rete lib de inikite mwen.
2SA 22:25 Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m. Selon ladwati mwen, Selon jan mwen pwòp devan zye Li.
2SA 22:26 Avèk sila de bon kè yo, Ou montre bon kè Ou. Avèk sila ki san fot yo, Ou parèt san fot.
2SA 22:27 Avèk sila ki san tach yo, Ou montre jan Ou san tach, Epi avèk sila ki kwochi, Ou vin parèt avèk entèlijans.
2SA 22:28 Ou fè sekou a sila ki aflije yo, men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo, pou Ou fè yo bese.
2SA 22:29 Paske se ou ki lanp mwen, O SENYÈ. Konsa, SENYÈ a vin klere tout tenèb mwen.
2SA 22:30 Paske avèk Ou, Mwen kapab kouri sou yon ekip sòlda.
2SA 22:31 Pou Bondye, chemen pa li a san fot. Pawòl SENYÈ a fin fè prèv. Li pwoteje tout sila yo ki kache nan Li.
2SA 22:32 Paske se kilès Bondye ye, Sof ke SENYÈ a? Epi kilès ki se yon woche, Sof ke Bondye pa nou an?
2SA 22:33 Bondye se sitadèl fòs mwen. Li fè chemen m san fot.
2SA 22:34 Li fè pye m tankou pye a sèf, ki fè m chita nan plas ki wo.
2SA 22:35 Li enstwi men m yo pou batay la, Pou bra mwen kab koube banza fèt an Bwonz.
2SA 22:36 Ou te osi ban mwen Boukliye Sali Ou a, e se soutyen Ou ki fè m pwisan.
2SA 22:37 Ou elaji pla pye mwen anba m, e pye m pa janm chape.
2SA 22:38 Mwen te kouri dèyè lènmi mwen yo, e mwen te detwi yo. Mwen pa t vire fè bak jiskaske mwen te fin manje nèt.
2SA 22:39 Epi mwen te devore yo, mwen te kraze yo, Jiskaske yo pa t janm leve. Konsa, yo te tonbe anba pye mwen.
2SA 22:40 Paske Ou te kouvri senti m ak fòs pou batay la. Ou te soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo.
2SA 22:41 Ou te osi fè lènmi m yo vire do ban mwen, Epi mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.
2SA 22:42 Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo; menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.
2SA 22:43 Alò mwen te fè poud ak yo tankou pousyè tè a. Mwen te kraze e te foule yo Tankou kras labou lari.
2SA 22:44 Ou te osi delivre mwen sòti nan rebelyon ak zen pèp mwen an. Ou te kenbe m kòm chèf sou nasyon yo,
2SA 22:45 Etranje yo abese devan m. Depi yo tande, yo obeyi.
2SA 22:46 Etranje yo pèdi fòs. Yo sòti tranblan nan kote kache yo.
2SA 22:47 SENYÈ a vivan! Beni, se wòch mwen an! Egzalte, se Bondye, wòch sali mwen an.
2SA 22:48 Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan,
2SA 22:49 Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo. Wi, Ou menm fè m leve anwo sila Ki vin leve kont mwen yo. Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo.
2SA 22:50 Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, pami nasyon yo. Mwen va chante lwanj a non Ou.
2SA 22:51 Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a, ki montre lanmou dous a onksyone pa Li a, Menm a David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”
2SA 23:1 Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo. David, fis a Jesse a deklare, Mesye ki te leve anwo a deklare, Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la, Chantè dous Israël la,
2SA 23:2 Nan mwen, Lespri SENYÈ a te pale, Pawòl pa Li te sou lang mwen.
2SA 23:3 Bondye a Israël la te di, Wòch Israël la te pale mwen, Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a, ki renye avèk lakrent Bondye yo,
2SA 23:4 Se tankou limyè maten lè solèy la leve, Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.
2SA 23:5 Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye? Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m, An lòd nan tout bagay e byen solid. Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen, èske, anverite, Li p ap fè l grandi?
2SA 23:6 Men sanzave yo, yo chak va pouse jete deyò tankou raje pikan. Konsa, pèsòn p ap kab pran yo an men.
2SA 23:7 Men nonm nan ki touche yo, dwe ame avèk fè ak shaf lans. Kèlkeswa, yo va vin brile nèt avèk dife, nan plas kote yo ye a.
2SA 23:8 Sila yo se non a mesye vanyan ki te pou David yo: Joscheb-Basschébeth, Tachkemonit lan, youn nan ofisye prensipal yo. Avèk lans li ui-san òm te mouri yon sèl kou yo.
2SA 23:9 Apre li menm, se Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la. Li te youn nan twa gèrye ki te, ansanm ak David yo, ki te konfwonte Filisten ki te rasanble pou batay yo, lè lòt mesye Israël yo te fè bak yo.
2SA 23:10 Li te leve frape Filisten yo jiskaske men li te fatige e te kole a nepe a. Konsa, SENYÈ a te fè parèt yon gran viktwa nan jou sa a. Pèp la te swiv li sèlman pou piyaje mò yo.
2SA 23:11 Alò, apre li se te Schamma, fis Agué a, yon Ararit. Filisten yo te rasanble nan yon ekip kote yon mòso tè te plen avèk pwa lantiy e pèp la te kouri devan Filisten yo.
2SA 23:12 Men li te kanpe pran pozisyon li nan mitan chan an pou defann tè a. Li te frape Filisten yo; epi SENYÈ a te fè vini yon gran viktwa.
2SA 23:13 Alò, twa nan trant mesye pifò yo te desann kote David nan tan rekòlt la kote kavèn Adullam nan pandan ekip Filisten an t ap fè kan nan vale Rephaïm nan.
2SA 23:14 Nan tan sa a, David te la nan fò a, pandan ganizon Filisten an te Bethléhem.
2SA 23:15 David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!”
2SA 23:16 Konsa, twa mesye vanyan sa yo te pete antre nan kan Filisten yo. Yo te rale dlo nan pwi Bethléhem ki te akote pòtay la, e yo te pote li bay David. Malgre sa, li te refize bwè l, men li te vide li bay SENYÈ a.
2SA 23:17 Konsa, li te di: “Lwen de mwen O SENYÈ! Èske m ta bwè san a mesye ki te mete lavi yo nan gwo danje a?” Pou sa, li pa t bwè li. Se zèv sila yo ke twa mesye vanyan sa yo te fè.
2SA 23:18 Abischaï, frè a Joab la, fis a Tseruja a, te chèf a trant yo. Li te voye lans li kont twa san moun, li te touye yo, e li te gen yon non ki vin rekonèt menm jan ak twa yo.
2SA 23:19 Li te pi onore pami trant yo. Konsa, li te devni chèf yo. Malgre sa, li pa t rive nan nivo a twa yo.
2SA 23:20 Alò, Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye vanyan nan Kabtséel, ki te fè zak byen fò, li te touye de fis a Ariel yo nan Moab. Anplis, li te desann e te touye yon lyon nan mitan a yon fòs yon jou pandan lanèj t ap tonbe.
2SA 23:21 Li te touye yon Ejipsyen, yon mesye mèvèy. Alò, Ejipsyen an te gen yon lans nan men li, men li te desann kote li avèk yon gwo baton e li te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans li an.
2SA 23:22 Bagay sa yo, Benaja, fis a Jehojada a te fè e non l te gen repitasyon menm jan ak twa mesye vanyan yo.
2SA 23:23 Li te onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa yo. Epi David te plase li kòm chèf sou gad li.
2SA 23:24 Asaël, frè a Joab la te pami trant yo; Elchanan, fis a Dodo a Bethléhem,
2SA 23:25 Schamma, Awodit la, Élika, Awodit la,
2SA 23:26 Hélets, Peletyen an, Ira, fis a Ikkesch la, Tekoyit la,
2SA 23:27 Abiézer, Anatotyen an, Mebunnaï, Oushatyen an,
2SA 23:28 Tsalmon, Achoachit la, Marahaï, Netofayit la.
2SA 23:29 Héleb, fis a Baana a, Netofayit la, Ittaï, fis a Rabaï a nan Guibea, fis a Benjamin yo,
2SA 23:30 Benaja, a Pirathon, Hiddaï a Nachalé-Gaasch.
2SA 23:31 Abi-Albon, Abatyen an, Azmaveth, Bakoumit lan,
2SA 23:32 Eliachba, Shaalbonit lan, Bené-Jaschen avèk Jonathan,
2SA 23:33 Schamma a Harar, Achaim, fis a Scharar a, Araryen an,
2SA 23:34 Éliphéleth, fis a Achasbaï a, fis a Maakatyen an, Éliam, fis a Achitophel la nan Guillo Éliphéleth, fis a Achasbaï a nan Guillo.
2SA 23:35 Hetsraï a Carmel. Paaraï, Arab la.
2SA 23:36 Jijueal, fis a Nathan an nan Tsoba, Bani a Gad,
2SA 23:37 Tsélek, Amonit lan, Naharaï nan Beéroth la, pòtè zam a Joab yo, fis a Tseruja a.
2SA 23:38 Ira a Jéther.
2SA 23:39 Urie, Etyen an: an total, trann-sèt òm.
2SA 24:1 Alò, kòlè SENYÈ a te brile ankò kont Israël e li te pwovoke David kont yo pou di: “Ale konte moun Israël avèk Juda yo.”
2SA 24:2 Wa a te di a Joab, chèf lame ki te avèk li a: “Ale, koulye a, atravè tout tribi Israël yo, soti nan Dan jis rive Beer-Schéba e anrejistre pèp la pou m kab konnen nonb de moun yo.”
2SA 24:3 Men Joab te di a wa a: “Alò, ke SENYÈ a ta kapab ajoute san fwa anplis kantite moun ke yo ye a, pandan zye a mèt mwen an, wa a, kab toujou wè. Men poukisa mèt mwen an, wa a, twouve plezi nan bagay sila a?”
2SA 24:4 Men pawòl a wa a te pran plas kont Joab, e kont chèf lame yo. Pou sa, Joab avèk chèf lame yo te sòti nan prezans wa a pou anrejistre pèp Israël la.
2SA 24:5 Yo te travèse Jourdain an pou te fè kan Aroër, sou bò dwat vil la ki nan mitan vale Gad la, ak vè Jaezer.
2SA 24:6 Epi yo te vini Galaad, nan peyi Thachthim-Hodschi, yo te rive Danjaan ak kote Sidon an.
2SA 24:7 Epi yo te rive nan fòterès Tyr la, nan tout vil a Evyen yo ak Kananeyen yo; epi yo te sòti nan sid Juda, nan Beer-Schéba.
2SA 24:8 Konsa, lè yo te fin pase nan tout peyi a, yo te vini Jérusalem nan fen nèf mwa e ven jou.
2SA 24:9 Epi Joab te bay nimewo anrejistreman pèp la bay wa a. Te gen an Israël, ui-san-mil mesye vanyan ki te kapab rale nepe e mesye nan Juda yo te senk-san-mil.
2SA 24:10 Koulye a, kè David te vin twouble lè li te fin konte pèp la. Konsa, David te di a SENYÈ a: “Mwen te fè gwo peche nan sa mwen te fè a. Men koulye a, O SENYÈ, souple retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te aji nan foli.”
2SA 24:11 Lè David te leve nan maten, pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt Gad la, vwayan David la, e li te di:
2SA 24:12 “Ale pale avèk David: ‘Konsa SENYÈ a di: “Mwen ap ofri ou twa bagay; chwazi pou ou menm youn nan yo, pou m fè ou.”’”
2SA 24:13 Konsa, Gad te rive kote David e li te di li: “Èske sèt ane gwo grangou va rive ou nan peyi ou? Oswa èske ou va sove ale pandan twa mwa devan lènmi ou yo pandan y ap kouri dèyè ou? Oswa èske va gen twa jou gwo epidemi nan peyi ou? Alò konsidere e wè ki repons mwen va pote bay Sila ki te voye mwen an.”
2SA 24:14 Epi David te di a Gad: “Mwen nan gwo pwoblèm. Annou tonbe nan men a SENYÈ a, paske mizerikòd Li gran; men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”
2SA 24:15 Konsa, SENYÈ a te voye yon epidemi sou Israël jis rive nan maten nan lè chwazi a e swasann-di-mil moun nan pèp la soti Dan jis rive Beer-Schéba te mouri.
2SA 24:16 Lè zanj lan te lonje men li vè Jérusalem pou detwi li, SENYÈ a te repanti de gwo malè a. Li te di a zanj ki te detwi pèp la: “Sa ase! Koulye a, lache men ou!” Epi zanj SENYÈ a te akote glasi a Aravna a, Jebizyen an.
2SA 24:17 Konsa, David te pale a SENYÈ a lè li te wè zanj ki t ap frape pèp la. Li te di: “Gade byen, se mwen ki te peche a, se mwen ki te fè mal la. Men mouton sila yo, kisa yo te fè? Souple, kite men Ou vin kont mwen, ak kont lakay papa m.”
2SA 24:18 Konsa, Gad te rive kote David nan jou sa menm, e li te di li: “Ale monte, bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi Aravna a, Jebizyen an.”
2SA 24:19 David te monte pa pawòl a Gad la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande a.
2SA 24:20 Aravna te gade anba e te wè wa a avèk sèvitè li yo ki t ap travèse bò kote li. Epi Aravna te parèt deyò e li te bese figi li jiska atè devan wa a.
2SA 24:21 Alò, Aravna te di: “Poukisa mèt mwen, wa a, te vin kote sèvitè li a?” David te reponn: “Pou achte glasi a nan men ou, pou m kab bati yon lotèl bay SENYÈ a, pou epidemi an kab vin sispann sou pèp la.”
2SA 24:22 Aravna te di a David: “Kite mèt mwen an, wa a, pran sa li wè ki bon nan zye li, e ofri li. Gade, men bèf pou ofrann brile a, bwa kabwèt yo avèk jouk bèf yo pou bwa dife a.
2SA 24:23 Tout bagay, O wa, Aravna ap bay wa a.” Epi Aravna te di a wa a: “Ke SENYÈ a, Bondye ou a, kapab kontan avèk ou.”
2SA 24:24 Sepandan, wa a te di a Aravna: “Non, men mwen va, anverite, achte li pou yon pri. Paske mwen p ap ofri ofrann brile bay SENYÈ a, Bondye mwen an ki pa koute m anyen.” Konsa, David te achte glasi a avèk bèf yo pou senkant sik ajan.
2SA 24:25 David te bati la yon lotèl bay SENYÈ a e li te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Konsa, SENYÈ a te kontan akoz lapriyè pou peyi a, e epidemi an te vin sispann an Israël.
1KI 1:1 Alò, Wa David te vin vye, avanse nan laj. Malgre yo te kouvri li avèk rad, li te toujou fwèt.
1KI 1:2 Konsa, sèvitè li yo te di li: “Kite yo chache yon jenn fi vyèj pou wa a, mèt mwen an, e kite li okipe wa a pou devni enfimyè li. Epi kite li kouche nan sen li pou wa a, mèt mwen an, pou li kapab chofe kò li.”
1KI 1:3 Konsa, yo te chache toupatou yon bèl fi nan tout tèritwa Israël la, yo te twouve Abischag, Sinamit lan, e yo te mennen li kote wa a.
1KI 1:4 Fi a te byen bèl. Li te devni enfimyè a wa a pou te okipe li, men wa a pa t antre nan relasyon avèk li.
1KI 1:5 Alò, Adonija, fis a Haggith la te vin vante tèt li. Li te di: “Mwen va devni wa.” Konsa, li te prepare pou li menm cha avèk chevalye avèk senkant òm pou te kouri devan l.
1KI 1:6 Papa li pa t janm konfwonte li nan okenn moman pou di: “Poukisa ou fè sa?” Li te osi yon bonòm byen bèl e te ne apre Absalom.
1KI 1:7 Li te fè tèt a tèt ansanm avèk Joab, fis a Tseruja a, avèk Abiathar, prèt la; epi yo te swiv Adonija pou te ede li.
1KI 1:8 Men Tsadok, prèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Nathan, pwofèt la, Schimeï, Réï, ak mesye vanyan ki te apatyen a David yo, pa t avèk Adonija.
1KI 1:9 Adonija te fè sakrifis mouton avèk bèf ak bèt gra kote wòch a Zohéleth la, ki akote En-Rouguel. Li te envite tout frè li yo, fis a wa yo ak tout mesye pwisan Juda yo, sèvitè a wa yo.
1KI 1:10 Men li pa t envite Nathan, pwofèt la, Benaja, mesye vanyan yo, ni Salomon, frè l la.
1KI 1:11 Konsa Nathan te pale avèk Bath-Schéba, manman a Salomon. Li te di: “Èske ou pa t tande ke Adonija, fis a Haggith la te devni wa, e David, mèt nou an, pa konnen sa?
1KI 1:12 Pou sa, vini koulye a, souple, kite mwen ba ou konsèy pou sove lavi ou avèk lavi a fis ou a, Salomon.
1KI 1:13 Antre koulye a, kote Wa David e di li: ‘Mèt mwen, O Wa a, èske ou pa t sèmante a sèvant ou an, e te di: “Anverite Salomon, fis ou a va wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an”? Poukisa konsa, Adonija gen tan vin wa a?’
1KI 1:14 Veye byen, pandan ou toujou la a ap pale avèk wa a, mwen va parèt pou konfime pawòl ou yo.”
1KI 1:15 Konsa, Bath-Schéba te antre kote wa a nan chanm dòmi an. Alò, wa a te byen vye, epi Abischag, Sinamit lan, t ap okipe wa a.
1KI 1:16 Bath-Schéba te bese kouche nèt atè devan wa a. Epi wa a te di: “Se kisa ke ou vle?”
1KI 1:17 Li te di li: “Mèt mwen, ou te sèmante a sèvant ou a pa SENYÈ a, Bondye ou a, ke: Anverite fis ou a, Salomon va devni wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an.”
1KI 1:18 Alò, gade byen, se Adonija ki wa a. Epi koulye a, mèt mwen an, wa a, ou pa menm konnen.
1KI 1:19 Li gen tan fè sakrifis bèf avèk bèt gra ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk Abiathar, prèt la, avèk Joab, chèf lame a, men li pa t envite Salomon, sèvitè ou a.
1KI 1:20 Epi koulye a, pou ou menm, mèt, wa a, zye a tout Israël ap gade ou, pou di yo se kilès k ap chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li.
1KI 1:21 Otreman, li va vin rive ke depi mèt mwen an, wa a, vin dòmi avèk zansèt li yo, pou mwen avèk fis mwen an, Salomon va vin konsidere kòm koupab.”
1KI 1:22 Epi gade, pandan li te toujou ap pale, Nathan, pwofèt la te vin antre.
1KI 1:23 Yo te pale wa a, e te di: “Men Nathan, pwofèt la.” Konsa, lè l te antre devan wa a, li te pwostène kò l devan wa a avèk figi li atè.
1KI 1:24 Nathan te di: “Mèt mwen, wa a, èske ou te di: ‘Adonija va wa apre mwen e li va chita sou twòn mwen an’?
1KI 1:25 Paske li te desann jodi a pou te fè sakrifis bèf avèk bèt gra, ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk chèf lame a, avèk Abiathar, prèt la. Men vwala, y ap manje bwè devan li, epi yo di: ‘Viv wa Adonija!’
1KI 1:26 Men mwen menm, sèvitè ou a, avèk Tsadok, prèt la ak Benaja, fis a Jehojada a, e sèvitè ou a, Salomon, li pa t envite nou.
1KI 1:27 Èske bagay sa a te fèt pa mèt mwen an, wa a? Èske ou pa t montre sèvitè ou yo kilès ki ta dwe chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li?”
1KI 1:28 Konsa, Wa David te reponn: “Rele Bath-Schéba vin kote m”. Li te parèt nan prezans a wa a e li te kanpe devan wa a.
1KI 1:29 Wa a te sèmante. Li te di: “Jan SENYÈ a viv la, Li menm ki te peye ranson lavi mwen soti nan tout twoub,
1KI 1:30 anverite, jan mwen te sèmante a ou menm pa SENYÈ a, Bondye a Israël la, e te di: ‘Fis ou a, Salomon va devni wa a apre mwen. Li va chita sou twòn mwen an nan plas mwen’. Mwen va, anverite, fè sa menm jodi a.”
1KI 1:31 Bath-Schéba te bese avèk figi li atè devan wa a. Li te di: “Ke mèt mwen an, Wa David, viv pou tout tan.”
1KI 1:32 Alò, Wa David te di: “Rele vin kote m Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, ak Benaja, fis a Jehojada a.” Epi yo te vini nan prezans a wa a.
1KI 1:33 Wa a te di yo: “Pran avèk ou sèvitè a mèt ou yo, e fè fis mwen an, Salomon, monte sou milèt pa m nan pou l mennen anba nan Guihon.
1KI 1:34 Kite Tsadok, prèt la ak Nathan, pwofèt la onksyone li an la, kòm wa sou Israël. Soufle twonpèt la e di: ‘Viv wa a, Salomon!’
1KI 1:35 Alò, ou va vin monte apre li. Li va vin chita sou twòn mwen an e li va vin wa nan plas mwen. Paske mwen te chwazi li pou renye sou Israël avèk Juda.”
1KI 1:36 Benaja, fis a Jehojada a te reponn wa a. Li te di: “Amen!” Kite se konsa ke SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, pale.
1KI 1:37 Jan SENYÈ a te avèk mèt mwen an, wa a, konsa ke li kapab avèk Salomon e fè twòn li an pi gran ke twòn a mèt mwen an, Wa David!
1KI 1:38 Konsa Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo te desann. Yo te fè Salomon monte sou milèt a David la pou te mennen li kote Guihon.
1KI 1:39 Tsadok, prèt la, te pran kòn lwil la nan tant lan pou te onksyone Salomon. Yo te soufle twonpèt la, e tout pèp la te di: “Viv wa Salomon!”
1KI 1:40 Tout pèp la te monte apre li. Pèp la t ap jwe flit, yo t ap rejwi avèk gran jwa, jiskaske tè a te vin souke avèk bwi ke yo t ap fè yo.
1KI 1:41 Alò, Adonija avèk tout envite ki te avèk li yo te tande sa pandan yo te fin manje. Lè Joab te tande bwi a twonpèt la, li te di: “Poukisa gen zen lavil la konsa?”
1KI 1:42 Pandan li te toujou ap pale, men vwala, Jonathan, fis a Abiathar a, prèt la te vin rive. Alò Adonija te di: “Antre, pwiske ou se yon nonm vanyan ki pote bòn nouvèl.”
1KI 1:43 Men Jonathan te reponn a Adonija: “Non! Mèt nou, Wa David, te fè Salomon wa.
1KI 1:44 Wa a te anplis, voye avèk li Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo, epi yo te fè li monte sou milèt a wa a.
1KI 1:45 Tsadok, prèt la, avèk Nathan, pwofèt la, te onksyone li wa nan Guihon. Yo te vin monte depi la, ranpli avèk jwa jiskaske tout vil la te vin boulvèse. Sa se bwi ke nou te tande a.
1KI 1:46 Anplis menm, Salomon te vin pran chèz li sou twòn wayòm nan.
1KI 1:47 Toujou, sèvitè a wa yo te vin beni mèt nou an, Wa David. Yo te di: ‘Ke Bondye ou a kapab fè non a Salomon pi bon ke non ou, e twòn pa li a pi gran ke twòn pa w la!’ Epi wa a te bese sou kabann nan.
1KI 1:48 Wa a osi te di konsa: ‘Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pèmèt yon moun vin chita sou twòn mwen an jodi a pandan pwòp zye m toujou wè.’”
1KI 1:49 Alò, tout envite a Adonija yo te ranpli avèk gwo laperèz. Yo te leve e yo chak te ale fè wout yo.
1KI 1:50 Konsa, Adonija te pè Salomon. Li te leve ale pou sezi kòn lotèl yo, e li te di: “Kite Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.”
1KI 1:51 Alò, yo te pale a Salomon. Yo te di: “Gade byen, Adonija pè Wa Salomon; paske tande byen, li te ale sezi kòn lotèl yo, e li t ap di: ‘Kite Wa Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.’”
1KI 1:52 Salomon te di: “Si li se yon moun onèt, nanpwen menm youn nan cheve li k ap tonbe atè, men si se mechanste ki twouve nan li, li va mouri.”
1KI 1:53 Konsa, Wa Salomon te voye mennen li desann soti nan lotèl la. Epi li te vin lonje kò l atè nèt devan Wa Salomon. Salomon te di li: “Ale lakay ou.”
1KI 2:1 Lè tan pou David mouri an t ap pwoche, li te bay lòd a Salomon. Li te di:
1KI 2:2 “Mwen prale nan chemen a tout tè a. Pou sa, rete dyanm e montre ke se gason ou ye.
1KI 2:3 Kenbe lòd SENYÈ a, Bondye ou a, pou mache nan tout vwa li yo, pou kenbe règleman Li yo, kòmandman Li yo, òdonans Li yo, avèk temwayaj Li yo, selon sa ki ekri nan Lalwa Moïse la, pou ou kapab vin genyen nan tout sa ke ou antreprann ak nenpòt kote ke ou vire.
1KI 2:4 Pou SENYÈ a kapab akonpli pawòl ke li te pale konsènan mwen menm nan, lè l te di: ‘Si fis ou yo fè atansyon nan chemen pa yo, pou mache devan M nan verite avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo, ou p ap janm manke yon nonm pa ou sou twòn Israël la.’
1KI 2:5 “Alò, ou konnen tou, sa ke Joab, fis a Tseruja a te fè m, sa ke li te fè a dè chèf lame Israël yo, a Abner, fis a Ner a ak Amasa, fis a Jéther a, ke li te touye. Anplis li te vèse san lagè nan tan lapè. Epi li te mete san lagè nan sentiwon senti li ak sou sandal nan pye li.
1KI 2:6 Pou sa, aji konsa, selon sajès ou e pa kite cheve blanch li desann nan sejou lanmò yo anpè.
1KI 2:7 Men montre ladousè a fis a Barzillaï yo, Galaadit la, e kite yo pami sila ki manje sou tab ou yo, paske yo te ede mwen lè m te sove ale kite Absalom, frè ou a.
1KI 2:8 “Veye byen, genyen avè wSchimeï, fis a Guéra a, Benjamit a Bachurim nan. Se te li menm ki te fè madichon sou mwen nan jou ke m te ale Mahanaïm nan. Men lè li te desann bò kote m nan Jourdain an, mwen te sèmante a li menm pa SENYÈ a. Mwen te di: ‘Mwen p ap mete ou a lanmò avèk nepe.’
1KI 2:9 Konsa, pou sa, pa kite li sòti san pini. Paske ou se yon nonm saj. Ou va konnen sa ke ou ta dwe fè a li menm, epi ou va fè tèt cheve blanch li an desann nan sejou lanmò nan san.”
1KI 2:10 Konsa, David te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere nan lavil David la.
1KI 2:11 Jou ke David te renye sou Israël yo te karant ane. Sèt ane, li te renye Hébron e trann-twa ane, li te renye Jérusalem.
1KI 2:12 Epi Salomon te chita sou twòn David la, papa li e wayòm li an te etabli byen solid.
1KI 2:13 Alò Adonija, fis a Haggith la, te vini a Bath-Schéba, manman a Salomon. Bath-Schéba te mande: “Èske ou vini anpè?” Adonija te di, “Anpè.”
1KI 2:14 Epi li te di: “Mwen gen yon bagay pou mande ou.” Bath-Schéba te di: “Pale.”
1KI 2:15 Konsa li te di: “Ou konnen ke wayòm nan te pou mwen e ke tout Israël te sipoze ke se mwen ki t ap wa. Sepandan, wayòm nan te chavire e li te vin devni pou frè m, paske depi nan SENYÈ a, se te pou li.
1KI 2:16 Alò, se yon sèl bagay ke m ta mande a ou menm; pa refize mwen.” Epi li te di li: “Pale.”
1KI 2:17 Alò, li te di: “Souple, pale avèk Salomon, wa a, paske li p ap refize ou, pou li kapab ban mwen Abischag, Sinamit lan, kòm madanm.”
1KI 2:18 Bath-Schéba te di li: “Trè byen; mwen va pale avèk wa a pou ou.”
1KI 2:19 Konsa, Bath-Schéba te ale kote Wa Salomon pou pale avèk li pou Adonija. Epi wa a te leve pou rankontre li. Li te bese devan l, e te chita sou twòn li an. Li te fè yo ranje yon twòn pou manman a wa a, e li te chita bò kote men dwat li.
1KI 2:20 Alò, li te di: “Mwen ap fè yon sèl ti demann a ou menm; pa refize mwen.” Epi wa a te di a li: “Mande manman m, paske mwen p ap refize ou.”
1KI 2:21 Konsa, li te di: “Kite Abischag Sinamit lan, vin bay a Adonija, frè ou a, kòm madanm.”
1KI 2:22 Wa Salomon te reponn li, e te di a manman li: “Epi poukisa w ap mande Abischag, Sinamit lan pou Adonija? Mande wayòm nan pou li tou—paske li se pi gran frè m— menm pou li, pou Abiathar, prèt la ak pou Joab, fis a Tseruja a!”
1KI 2:23 Salomon te sèmante pa SENYÈ a e te di: “Ke Bondye kapab fè m sa e menm plis, si Adonija pa gen tan pale pawòl sa a kont pwòp vi pa li.
1KI 2:24 Koulye a, pou sa, jan SENYÈ a viv la, ki te etabli mwen, e ki te fè m chita sou twòn a David, papa m nan, ki te fè pou mwen yon kay, jan Li te pwomèt mwen an, anverite Adonija ap mete a lanmò jodi a.”
1KI 2:25 Konsa, Salomon te voye Benaja, fis a Jehojada a kote li. Li te tonbe sou li e li te mouri.
1KI 2:26 Epi a Abiathar, prèt la, wa a te di: “Ale nan Anathoth, pwòp chan pa ou a. Paske ou merite mouri, men mwen p ap mete ou a lanmò nan moman sa a, pwiske ou te pote lach la devan papa m, David, epi akoz ou te aflije avèk tout sa ke papa m te aflije yo.”
1KI 2:27 Konsa, Salomon te revoke Abiathar kòm prèt SENYÈ a, pou akonpli pawòl SENYÈ a te pale konsènan lakay Éli nan Silo.
1KI 2:28 Alò, nouvèl la te vini a Joab, paske Joab te swiv Adonija, malgre li pa t swiv Absalom. Konsa, Joab te sove rive nan tant SENYÈ a e li te sezi kòn lotèl yo.
1KI 2:29 Li te pale a Wa Salomon ke Joab te sove ale nan tant SENYÈ a; epi men vwala, li akote lotèl la. Alò, Salomon te voye Benaja, fis a Jehojada a. Li te di: “Ale, tonbe sou li.”
1KI 2:30 Konsa, Benaja te rive nan tant SENYÈ a. Li te di li: “Konsa wa a te di: ‘Sòti deyò.’” Men li te di: “Non, paske mwen va mouri isit la.” Benaja te pote bay wa a yon pawòl ankò, e li te di: “Konsa Joab te pale e konsa li te reponn mwen.”
1KI 2:31 Wa a te di li: “Fè sa ke li te pale a. Tonbe sou li, e antere li, pou ou kapab fè sòti sou mwen ak sou lakay papa m san ke Joab te vèse san koz la.
1KI 2:32 SENYÈ a va fè san li retounen sou pwòp tèt li, akoz li te tonbe sou de mesye ki te pi dwat e pi bon ke li menm yo. Li te touye yo avèk nepe, pandan papa m, David pa t konnen: Abner, fis a Ner a, chèf lame Israël la ak Amasa, fis a Jéther a, chèf lame a Juda.
1KI 2:33 Konsa, san yo va retounen sou tèt Joab avèk tèt desandan li yo pou tout tan. Men a David avèk desandan li yo, lakay li ak twòn li an, pou kapab gen lapè soti nan SENYÈ a pou tout tan.”
1KI 2:34 Epi Benaja, fis a Jehojada a te monte tonbe sou Joab pou te mete li a lanmò. Li te antere bò lakay li a nan dezè a.
1KI 2:35 Wa a te chwazi Benaja, fis a Jehojada a sou lame a nan plas li e wa a te chwazi Tsadok kòm prèt nan plas Abiathar.
1KI 2:36 Alò wa a te voye chache Schimeï e te di li: “Bati pou ou menm yon kay Jérusalem, e rete la. Pa deplase sòti la pou ale nan okenn lòt plas.
1KI 2:37 Paske nan jou ke ou sòti travèse dlo Cédron an, ou mèt konnen byensi ke anverite, ou va mouri. San ou va sou pwòp tèt pa ou.”
1KI 2:38 Alò, Schimeï te di a wa a: “Pawòl la bon. Jan mèt mwen an, wa a te pale a, se konsa sèvitè ou va fè.” Konsa, Schimeï te viv Jérusalem pandan anpil jou.
1KI 2:39 Men li te vin rive nan fen twazan yo, ke de sèvitè a Schimeï yo te chape rive jwenn Akisch, fis a Maaca a, wa Gath la. Epi yo te di Schimeï “Gade byen, sèvitè ou yo se nan Gath”.
1KI 2:40 Epi Schimeï te leve sele bourik li e li te ale Gath kote Akisch pou chache jwenn sèvitè li yo. Epi Schimeï te ale mennen sèvitè li yo retounen soti Gath.
1KI 2:41 Sa te pale a Salomon ke Schimeï te kite Jérusalem pou ale Gath e li te retounen.
1KI 2:42 Pou sa, wa a te voye rele Schimeï e te di li: “Èske mwen pa t fè ou sèmante pa SENYÈ a, e avèti ou solanèlman pou di ou ke: ‘Ou va konnen byensi nan jou ke ou sòti, ale nenpòt kote ke ou va, anverite, mouri’? Epi ou te di mwen: ‘Pawòl ke mwen tande a bon.’
1KI 2:43 Poukisa konsa ou pa t swiv sèman bay SENYÈ a ak lòd ke m te mete sou ou a?”
1KI 2:44 Wa a te osi di a Schimeï: “Ou konnen tout mal ke ou rekonèt nan kè ou, ke ou te fè a papa m, David. Akoz sa, SENYÈ a va remèt mal sa a sou pwòp tèt pa ou.
1KI 2:45 Men Wa Salomon va beni e twòn David la va vin etabli devan SENYÈ a pou tout tan.”
1KI 2:46 Epi wa a te kòmande Benaja, fis a Jehojada a. Li te sòti deyò e li te tonbe sou li e li te mouri. Se konsa wayòm nan te etabli nan men a Salomon.
1KI 3:1 Apre, Salomon te fè yon alyans maryaj avèk Égypte, li te pran fi Farawon an e li te mennen li nan vil David la jiskaske li te fin bati pwòp kay li, lakay SENYÈ a, ak mi ki te antoure Jérusalem nan.
1KI 3:2 Menpèp la te toujou ap fè sakrifis sou wo plas yo, akoz pa t gen kay la pou non SENYÈ a jis rive nan jou sa yo.
1KI 3:3 Alò, Salomon te renmen SENYÈ a. Li te mache nan tout règleman papa li yo, David, sof ke li te fè sakrifis e li te brile lansan nan wo plas yo.
1KI 3:4 Wa a te konn ale Gabaon pou fè sakrifis la, paske se la ke wo plas prensipal la te ye. Salomon te ofri mil ofrann brile sou lotèl sila a.
1KI 3:5 Nan Gabaon, SENYÈ a te parèt a Salomon nan yon rèv pandan lannwit. Bondye te di: “Mande sa ou pito e m ap ba ou li.”
1KI 3:6 Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a.
1KI 3:7 Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti.
1KI 3:8 Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte.
1KI 3:9 Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”
1KI 3:10 Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a.
1KI 3:11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis,
1KI 3:12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou.
1KI 3:13 Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo.
1KI 3:14 Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”
1KI 3:15 Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo.
1KI 3:16 Alò, de fanm ki te pwostitiye te parèt kote wa a, e yo te kanpe devan l.
1KI 3:17 Youn nan fanm yo te di: “O mèt mwen, fanm sila avèk mwen menm rete nan menm kay. Mwen te fè yon pitit pandan li te nan kay la.
1KI 3:18 Li te vin rive nan twazyèm jou ke m te fin akouche a, ke fanm sila a te fè yon pitit tou. Se te nou de sèl ansanm ke nou te ye.
1KI 3:19 Pitit a fanm sa a te mouri nan lannwit akoz li te kouche sou li.
1KI 3:20 Konsa, li te leve nan mitan nwit lan, e li te pran pitit gason mwen an soti kote mwen, pandan sèvant ou an t ap dòmi. Li te mete li sou sen li e li te mete pitit mouri an sou sen mwen.
1KI 3:21 Lè m te leve nan maten pou fè pitit la pran tete, men vwala, li te mouri. Men lè m te gade li byen nan maten, gade byen, se pa pitit mwen an ke m fenk fin akouche a li te ye.”
1KI 3:22 Alò, lòt fanm nan te di: “Non! Paske sila ki vivan an se fis mwen e sila ki mouri an se pitit pa w la.” Men premye fanm nan te di: “Non! Paske sila ki mouri an se fis pa w la e vivan an se pitit pa m nan.” Konsa, yo te pale devan wa a.
1KI 3:23 Konsa, wa a te di: “Youn di: ‘Sa se fis mwen k ap viv la e pitit pa w la se sila ki mouri an;’ epi lòt la di: ‘Non! Paske fis pa w la se sila ki mouri an e se pitit mwen an ki viv la.’”
1KI 3:24 Wa a te di: “Chache pou mwen yon nepe.” Epi yo te pote yon nepe devan wa a.
1KI 3:25 Wa a te di: “Divize pitit vivan an an de mòso; bay mwatye a youn e mwatye a lòt la.”
1KI 3:26 Alò fanm avèk pitit vivan an te pale ak wa a, paske li te boulvèse jis rive nan fon kè l sou fis li a e te di: “O mèt mwen, ba li pitit la e sitou, pa touye li.” Men lòt la te di: “Li p ap pou ou, ni pou mwen; divize l!”
1KI 3:27 Alò, wa a te di: “Bay pitit vivan an a premye fanm nan e pa okenn mwayen, pa touye li. Se li ki manman l.”
1KI 3:28 Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.
1KI 4:1 Alò, Wa Salomon te wa sou tout Israël.
1KI 4:2 Sila yo se te ofisye pa li yo: Azaria, fis a Tsadok a, prèt la;
1KI 4:3 Élihoreph avèk Achija, fis a Schischa yo te sekretè; Josaphat, fis a Achilud la, grefye;
1KI 4:4 epi Benaja, fis a Jehojada a te sou lame a; epi Tsadok avèk Abiathar te prèt;
1KI 4:5 Azaria, fis a Nathan an te sou depite yo; epi Zabud, fis a Nathan an, yon prèt, te zanmi a wa a;
1KI 4:6 epi Achischar te sou tout afè kay la; epi Adoniram, fis a Abda a te sou mesye travo fòse yo.
1KI 4:7 Salomon te gen douz depite sou tout Israël, ki te fè pwovizyon pou wa a avèk lakay li. Chak mesye yo te oblije bay pwovizyon yo pou yon mwa chak ane.
1KI 4:8 Sila yo se non pa yo: Ben-Hur, nan peyi ti kolin Éphraïm yo.
1KI 4:9 Ben-Déker nan Makats, Saalbim avèk Beth-Schémesch ak Élon avèk Beth-Hannan.
1KI 4:10 Ben-Hésed nan Arubboth (Soco te pou li avèk tout tèritwa Hépher);
1KI 4:11 Ben-Abinadab nan wotè kote Dor a (Thaphath, fi a Salomon an te madanm li).
1KI 4:12 Baana, fis a Achilud la, nan Thaanac avèk Meguiddo, avèk tout Beth-Schean ki akote Tsarthan anba Jizreel, soti Beth-Schean rive Abel-Mehola, jis rive lòtbò Jokmean.
1KI 4:13 Ben-Guéber nan Ramoth-Galaad (vil a Jaïr yo, fis a Manassé, ki Galaad la te pou li: nan zòn Argob, ki Basan an, swasant gran vil avèk mi yo fè an bwonz te pou li);
1KI 4:14 Achinadab, fis a Iddo a nan Mahanaïm;
1KI 4:15 Achimaats, nan Nephtali. (Li osi te marye avèk Basmath, fi a Salomon an);
1KI 4:16 Banna, fis a Huschaï a nan Aser avèk Bealoth;
1KI 4:17 Josaphat, fis a Parauch la nan Issacar;
1KI 4:18 Schimeï, fis a Éla a, nan Benjamin;
1KI 4:19 Guéber, fis a Uri a, nan peyi Galaad la, nan ansyen peyi a Sihon, wa Amoreyen yo ak Og, wa Basan an; epi li te sèl depite nan tout zòn sila a.
1KI 4:20 Juda avèk Israël te anpil tankou sab arebò lanmè an kantite; yo t ap manje, bwè, e rejwi.
1KI 4:21 Alò, Salomon te renye sou tout wayòm yo soti Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo ak nan lizyè a Égypte yo. Yo te mennen pèyman obligatwa e yo te sèvi Salomon tout jou lavi li yo.
1KI 4:22 Pwovizyon pou Salomon pou yon sèl jou se te trant barik farin fen ak swasant barik farin,
1KI 4:23 dis bèf gra, ven bèf chan, san mouton anplis ke sèf, gazèl, chèvrèt mal ak tout kalite zwazo domestik gra.
1KI 4:24 Paske li te byen domine sou tout sila ki te vè lwès Larivyè a, soti nan Thiphsach, jis rive nan Gaza, sou tout wa yo vè lwès Larivyè a. Epi li te gen lapè sou tout akote ki antoure li yo.
1KI 4:25 Konsa, Juda avèk Israël te viv ansekirite, chak moun anba chan rezen pa yo avèk pye fig etranje pa yo, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, pandan tout jou a Salomon yo.
1KI 4:26 Salomon te gen karant-mil kote kouvri pou cheval ki te rale cha yo ak douz-mil chevalye.
1KI 4:27 Depite yo te founi pou Wa Salomon avèk tout sila ki te vini sou tab a Wa Salomon yo, yo chak pandan mwa pa yo. Yo pa t kite li manke anyen.
1KI 4:28 Yo te osi pote lòj avèk pay pou cheval avèk pi bèl sèl cheval byen vit pou mete kote li ta dwe ye a, yo chak selon chaj yo.
1KI 4:29 Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè.
1KI 4:30 Sajès a Salomon te depase sajès a tout fis a lès yo ak tout sajès an Égypte la.
1KI 4:31 Paske li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo.
1KI 4:32 Li te osi pale plis ke twa-mil pwovèb e chanson li yo te yon mil senk.
1KI 4:33 Li te pale konsènan pyebwa yo soti nan sèd ki Liban an, jis rive nan izòp ki grandi sou mi an. Li te pale osi de bèt ak zwazo avèk reptil ak pwason.
1KI 4:34 Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.
1KI 5:1 Alò, Hiram, wa Tyr la, te voye sèvitè li yo kote Salomon lè li te tande ke yo te onksyone li wa nan plas a papa li, paske Hiram te konn toujou zanmi David.
1KI 5:2 Epi Salomon te voye kote Hiram pou di:
1KI 5:3 “Ou konnen ke David, papa m, pa t kapab bati yon kay pou non a SENYÈ a, akoz gè ki te antoure li yo, jiskaske SENYÈ a te mete yo anba pla pye li.
1KI 5:4 Men koulye a, SENYÈ a te ban m repo tout kote. Nanpwen advèsè ni malè.
1KI 5:5 Gade byen, “Mwen gen entansyon bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye mwen an, jan SENYÈ a te pale a David la, papa m nan, kon Li te di: ‘Fis ou a, ke mwen va mete sou twòn pa w la, nan plas ou a, li va bati kay la pou non Mwen.’
1KI 5:6 Alò, pou sa, bay lòd pou yo koupe pou mwen sèd Liban e sèvitè mwen yo va la avèk sèvitè pa ou yo, epi mwen va ba ou salè pou sèvitè ou yo selon tout sa ke ou di. Paske ou konnen ke nanpwen pami nou ki konprann kijan pou koupe bwa tankou Sidonyen yo.”
1KI 5:7 Lè Hiram te tande pawòl a Salomon yo, li te rejwi anpil. Li te di: “Beni se SENYÈ a nan jou sila a, ki te bay a David yon fis ki saj sou gran pèp sa a.”
1KI 5:8 Konsa, Hiram te voye kote Salomon e te di: “Mwen te tande sa ke ou voye di mwen an. Mwen va fè sa ke ou vle de bwa sèd avèk pichpen an.
1KI 5:9 Sèvitè mwen yo va mennen yo desann soti Liban rive kote lanmè a. Mwen va mare yo ansanm pou fè yo rive pa lanmè nan plas kote ou dirije m nan. Nou va kase yo la pou moun ou yo kab pote yo ale. Alò, ou va akonpli volonte m e ou bay manje a tout lakay mwen.”
1KI 5:10 Konsa, Hiram te bay Salomon tout sa li te vle nan bwa sèd avèk pichpen yo.
1KI 5:11 Salomon te bay Hiram ven-mil barik nan ble a kòm manje pou lakay li ak ven barik nan lwil bat la. Konsa Salomon te bay Hiram ane pa ane.
1KI 5:12 SENYÈ a te ba li sajès, jis jan ke Li te pwomèt li a. Epi te gen lapè antre Hiram avèk Salomon e yo de a te fè yon akò.
1KI 5:13 Alò, Wa Salomon te fè kòve obligatwa soti nan tout Israël la. Kòve fòse yo te konte trant-mil moun.
1KI 5:14 Li te voye yo nan Liban, di-mil moun pa mwa, yon ekip apre lòt ak de mwa lakay. Adoniram te chèf sou ouvriye kòve yo.
1KI 5:15 Alò, Salomon te gen swasann-di-mil transpòtè ak katre-ven-mil ki t ap taye wòch nan mòn yo.
1KI 5:16 Anplis, Salomon te gen twa-mil-twa-san depite an chèf ki te sou pwojè a. Yo te chèf dirijan sou moun ki t ap fè travay yo.
1KI 5:17 Alò, wa a te pase lòd pou yo te tayegwo wòch yo, wòch chè pou poze fondasyon kay la ak wòch taye.
1KI 5:18 Konsa, moun Salomon ki t ap bati yo, moun Hiram ki t ap bati yo, epi Gibliyen yo t ap koupe yo e prepare bwa yo ansanm ak wòch yo pou bati kay la.
1KI 6:1 Alò, li te vin rive nan kat-san-katreven ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan katriyèm ane règn Salomon sou Israël la, nan mwa Ziv la, sa se dezyèm mwa a, ke li te kòmanse bati lakay SENYÈ a.
1KI 6:2 Selon kay ke Salomon te bati pou SENYÈ a, longè li te swasant koude, lajè li te ven koude e wotè li, trant koude.
1KI 6:3 Galeri pa devan antre kay la te ven koude nan longè, ki te koresponn avèk lajè kay la e pwofondè devan kay la te dis koude.
1KI 6:4 Osi pou kay la li te fè fenèt avèk ankadreman atizan yo.
1KI 6:5 Kont mi kay la, li te bati etaj won ki te antoure mi kay la nèt, ni pa devan, avèk sanktyè enteryè a; konsa, li te fè chanm yo toupatou.
1KI 6:6 Etaj pi ba a te senk koude nan lajè, mitan an te sis koude nan lajè e twazyèm nan te sèt koude nan lajè. Paske pa deyò, li te fè retrè pou travès yo pa fonse antre nan miray kay la.
1KI 6:7 Kay la, pandan li t ap bati, te bati avèk wòch ki te taye kote yo te fè min wòch. Pa t gen mato, ni rach, ni okenn zouti an fè ki te konn tande nan kay la pandan li t ap bati.
1KI 6:8 Pòtay chanm akote piba a te sou kote dwat a kay la. Epi yo te konn monte pa eskalye ki te fè won pou rive nan etaj mitan an e soti nan mitan an a nan twazyèm nan.
1KI 6:9 Konsa, li te bati kay la e te fin fè l. Li te kouvri kay la avèk travès ak planch sèd.
1KI 6:10 Li te bati anplis etaj ki te kont tout kay la, yo chak nan wotè a senk koude. Yo te tache nan kay la avèk bwa sèd.
1KI 6:11 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Salomon e te di:
1KI 6:12 “Kay sa a ke w ap bati a, si ou va mache nan règleman Mwen yo, egzekite lòd Mwen yo, kenbe tout kòmandman Mwen yo e mache ladan yo, alò, mwen va fin konplete pawòl ke M te pale a David, papa ou a, avèk ou.
1KI 6:13 Mwen va vin viv pami fis Israël yo e Mwen p ap janm kite pèp mwen an, Israël.”
1KI 6:14 Konsa, Salomon te bati kay la e te fini avèk li.
1KI 6:15 Li te bati mi kay la pa anndan avèk planch sèd. Soti atè jis rive nan plafon an, li te kouvri mi anndan yo avèk bwa e li te kouvri tout atè kay la avèk planch bwa pichpen.
1KI 6:16 Li te bati ven koude nan kote dèyè kay la avèk planch sèd soti atè a jis rive nan plafon an. Li te bati yo pou li sou anndan kòm yon sanktyè enteryè, menm kote ki pi sen an.
1KI 6:17 Pa devan sanktyè tanp lan te karant koude nan longè.
1KI 6:18 Te gen bwa sèd sou kay la anndan, taye nan fòm a kalbas avèk flè ki louvri nèt. Tout te fèt an sèd. Pa t gen wòch ki te vizib.
1KI 6:19 Li te prepare yon sanktyè enteryè anndan kay la pou l te kab plase la, lach akò SENYÈ a.
1KI 6:20 Sanktyè enteryè a te ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak ven koude nan wotè. Li te kouvri li nèt avèk lò pi. Li te kouvri lotèl la avèk sèd.
1KI 6:21 Konsa, Salomon te kouvri anndan kay la avèk lò pi. Li te fè chenn an lò travèse pati devan nan sanktyè enteryè a, e li te kouvri li avèk lò.
1KI 6:22 Li te kouvri tout kay la avèk lò jiskaske tout kay la te fini. Osi, tout lotèl ki te akote sanktyè enteryè li a te kouvri avèk lò.
1KI 6:23 Nan sanktyè enteryè a, li te fè de cheriben ak bwa doliv, yo chak nan dis koude wotè.
1KI 6:24 Yon zèl nan cheriben an te senk koude e lòt la te senk koude. Soti nan pwent a yon zèl jis rive nan pwent a lòt zèl la se te dis koude.
1KI 6:25 Lòt cheriben an te dis koude. Toude cheriben yo te menm mezi avèk menm fòm.
1KI 6:26 Wotè a yon cheriben se te dis koude e lòt cheriben an te menm jan an.
1KI 6:27 Li te plase cheriben yo nan mitan kay enteryè a. Zèl a cheriben yo te lonje tou louvri, jiskaske zèl a youn te touche mi an, e zèl a lòt cheriben an te touche lòt mi an. Konsa, zèl a chak nan yo te touche zèl a lòt la nan mitan kay la.
1KI 6:28 Li te kouvri cheriben yo avèk lò.
1KI 6:29 Epi li te grave tout mi nan kay yo toupatou avèk cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo grave nan sanktyè enteryè ansanm ak eksteryè yo.
1KI 6:30 Li te kouvri planch atè yo avèk lò, nan sanktyè enteryè avèk eksteryè a.
1KI 6:31 Nan antre sanktyè enteryè a, li te fè pòt avèk bwa doliv, ankadreman chanbrann nan avèk poto pòtay yo an senk fas.
1KI 6:32 Konsa, li te fè de pòt avèk bwa doliv la e li te grave sou yo cheriben grave yo, pye palmis yo, avèk flè louvri yo. Li te kouvri yo avèk lò. Epi li te gaye lò a sou cheriben yo avèk pye palmis yo.
1KI 6:33 Anplis, li te fè poto yo an kat fas avèk bwa doliv la pou gran antre eksteryè a,
1KI 6:34 epi de pòt an bwa siprè; de mwatye a yon pòt ki vire sou pivo e de mwatye sou lòt pòt la te vire sou pivo.
1KI 6:35 Li te grave sou li cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo; epi li te kouvri yo avèk lò aplike nan menm fòs toupatou.
1KI 6:36 Li te bati galeri enteryè a avèk twa ranje wòch taye ak yon ranje travès fèt an sèd.
1KI 6:37 Nan katriyèm ane a, nan mwa Ziv la, fondasyon kay SENYÈ a te fin poze.
1KI 6:38 Nan onzyèm ane a, nan mwa Bul la, ki se uityèm mwa a, kay la te fini nan tout pati li e selon plan pa li a. Konsa, li te bati pandan sèt ane.
1KI 7:1 Alò, Salomon te bati pwòp kay pa li pandan trèz ane, e li te fini tout kay li a nèt.
1KI 7:2 Li te bati kay la avèk materyo forè Liban an. Longè li te san koude, lajè li te senkant koude e wotè li te trant koude, sou kat ranje pilye yo fèt an sèd avèk travès sèd sou pilye yo.
1KI 7:3 Li te mete pano an sèd yo anwo chanm akote ki te sou karant-senk pilye yo, kenz nan chak ranje.
1KI 7:4 Te gen fenèt ki te dekore an twa ranje ak fenèt ki te opoze a fenèt yo an twa ranje.
1KI 7:5 Tout pòtay avèk poto pòt yo te gen ankadreman kare, byen dekore e fenèt yo te opoze a pòt yo an twa ranje.
1KI 7:6 Li te fè galeri a avèk pilye yo. Longè li te senkant koude, lajè li te trant koude e yon galeri te devan yo avèk pilye avèk yon pòtay antre pa devan yo.
1KI 7:7 Li te fè sal twòn kote li ta jije moun nan, sal jijman an, e atè a te kouvri avèk pano sèd soti nan yon bò pou rive nan lòt la.
1KI 7:8 Kay kote li t ap viv nan lòt lakou anndan an te fèt avèk menm kalite travay la. Li te osi fè yon kay tankou sal sila a pou fi a Farawon an, avèk sila li te marye a.
1KI 7:9 Tout sa yo se te avèk wòch presye avèk wòch ki te koupe sou mezi, ki te siye avèk si, anndan kon deyò; menm soti nan fondasyon an jis rive anba twati yo e menm jan an, sou eksteryè a rive nan gran lakou a.
1KI 7:10 Fondasyon an te fèt avèk wòch presye, gwo wòch, wòch nan dis koude ak wòch nan uit koude.
1KI 7:11 Anwo se te wòch presye ki te koupe sou mezi, ansanm ak bwa sèd.
1KI 7:12 Konsa, gran lakou toutotou a te gen twa ranje wòch koupe ak yon ranje travès sèd; menm jan avèk lakou enteryè lakay SENYÈ a ak galri kay la.
1KI 7:13 Alò, Wa Salomon te voye mennen Hiram soti Tyr.
1KI 7:14 Li te fis a yon vèv soti nan tribi Nephtali e papa li te yon moun Tyr, yon travayè nan bwonz. Li te ranpli avèk sajès avèk konprann ak kapasite pou fè nenpòt kalite èv an bwonz. Konsa li te vini a Wa Salomon pou te fè tout travay li yo.
1KI 7:15 Li te fòme de pilye an bwonz yo, dizuit koude se te wotè a chak pilye e yon lign a douz koude te mezire distans antoure won a toude.
1KI 7:16 Li osi te fè de tèt kouvèti an bwonz fonn pou plase sou tèt a pilye yo. Wotè a yon tèt kouvèti te senk koude e wotè a lòt tèt kouvèti a te senk koude.
1KI 7:17 Te gen yon sistèm rezo fèt avèk chenn an fil tòde pou tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo: sèt pou yon tèt kouvèti e sèt pou lòt tèt kouvèti a.
1KI 7:18 Konsa, li te fè pilye yo: te gen de ranje antoure youn nan sistèm rezo yo pou kouvri tèt kouvèti ki te anwo grenad yo; epi se konsa li te fè pou lòt tèt kouvèti a.
1KI 7:19 Tèt kouvèti ki te sou tèt pilye nan galeri yo te fèt ak desen flè lis, nan lajè kat koude.
1KI 7:20 Te gen tèt kouvèti yo sou de pilye yo, antoure avèk de-san grenad an ranje won ki pa an wo a chak tèt kouvèti, toupre rezo a. Epi de-san grenad te ranje toutotou de toulède tèt kouvèti yo.
1KI 7:21 Konsa, li te ranje pilye yo sou galeri gran chanm nan. Epi li te monte pilye adwat la e li te rele li Jakin; li te monte pilye agoch la e li te rele li Boaz.
1KI 7:22 Sou tèt pilye yo se te yon desen flè lis. Se konsa èv pilye yo te fini.
1KI 7:23 Alò, li te fè fòm lanmè fonde an metal dis koude soti nan yon bò a yon lòt, an fòm tou won e wotè li se te senk koude ak trant koude ki pou antoure l.
1KI 7:24 Anba bò li a, kalbas yo te antoure li tou won, dis nan chak koude e te antoure lanmè a nèt. Kalbas yo te an de ranje, fonde ansanm avèk tout lòt bagay.
1KI 7:25 Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas vè nò, twa avèk fas vè lwès, twa avèk fas vè sid e twa avèk fas vè lès. Li te poze sou yo e tout pati dèyè yo te vè anndan.
1KI 7:26 Gwosè li te mezi a yon pla men pwès e arebò li te fèt tankou arebò a yon tas, tankou yon flè lis. Li te kab kenbe kantite volim a de mil bat.
1KI 7:27 Anplis, li te fè dis baz yo an bwonz. Longè a chak baz te kat koude, lajè li se te kat koude e wotè li se te twa koude.
1KI 7:28 Sila a se te desen a baz yo: yo te gen arebò, menm arebò antre ankadreman travès yo.
1KI 7:29 Epi sou arebò ki te antre ankadreman yo, te gen lyon yo, bèf yo, avèk cheriben yo. Sou ankadreman yo, te gen yon etaj anlè e anba lyon yo avèk bèf yo, te gen zèv atizan kouwòn ki te pann.
1KI 7:30 Alò, chak baz te gen kat wou an bwonz avèk shaf an bwonz, kat pye li yo te gen soutyen yo. Anba basen an, te soutni sipò yo avèk gilann yo chak kote.
1KI 7:31 Ouvèti li anndan tèt kouvèti pa anwo baz la te yon koude e ouvèti li a te won tankou desen a yon etaj won, yon koude-edmi; epi osi nan ouvèti li a, te grave desen yo, arebò yo te kare, yo pa t won.
1KI 7:32 Kat wou yo te anba arebò yo e shaf a wou yo te sou baz la. Wotè a wou a te yon koude edmi.
1KI 7:33 Kalite travay a wou yo te tankou kalite travay a yon wou cha. Shaf pa yo, jant yo, reyon yo e mitan wo a tout te fonde.
1KI 7:34 Alò, te gen kat soutyen nan kat kwen a chak baz. Soutyen yo te yon pati nan baz la menm.
1KI 7:35 Anwo baz la te kanpe yon fòm fèt tou won, avèk wotè a yon mwatye koude. Sou tèt a baz la, soutyen pa li avèk arebò li yo te fèt tankou yon pati ladann.
1KI 7:36 Li te grave sou plat a soutyen li yo, sou arebò li yo, cheriben yo, lyon yo ak pye palmis yo selon espas disponib nan chak, avèk kouwòn yo toutotou li.
1KI 7:37 Li te fè dis baz yo konsa: yo tout te fonde menm jan; yon sèl mezi ak yon sèl fòm.
1KI 7:38 Li te fè dis basen yo an bwonz, yon basen te kenbe karant bat 880 lit; chak basen te kat koude e nan chak nan dis baz yo, te gen yon basen.
1KI 7:39 Li te poze baz yo, senk sou kote dwat a kay la e senk sou kote goch a kay la. Li te poze lanmè an metal fonn nan sou kote dwat a kay la vè lès la, vè sid.
1KI 7:40 Alò Hiram te fè basen sa yo, ansanm ak pèl ak bòl yo. Konsa, Hiram te fin fè tout èv ke li te fè pou Salomon lakay SENYÈ a:
1KI 7:41 de pilye yo, de bòl pou tèt kouvèti ki te poze sou de pilye yo ak de sistèm rezo pou kouvri de bòl tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo.
1KI 7:42 Anplis, li te mete kat-san grenad pou de sistèm rezo yo, de ranje grenad pou chak sistèm rezo, pou kouvri de tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo;
1KI 7:43 dis baz avèk dis basen yo sou baz yo;
1KI 7:44 yon sèl lanmè ak douz bèf anba lanmè a;
1KI 7:45 bokit yo avèk pèl yo ak tèt kouvèti yo. Menm tout zouti sila yo ke Hiram te fè pou Wa Salomon nan kay SENYÈ a te fèt avèk bwonz poli.
1KI 7:46 Nan plèn Jourdain an, wa a te fonn yo, nan tè ajil la antre Succoth ak Tsarthan.
1KI 7:47 Salomon te kite tout veso yo san peze, paske yo te twòp. Pwa a bwonz lan pa t kab detèmine.
1KI 7:48 Salomon te fè tout mèb ki te lakay SENYÈ a: lotèl an lò, tab an lò, sou sila pen a Prezans lan te ye a;
1KI 7:49 chandelye yo, senk adwat e senk agoch, pa devan nan sanktyè enteryè a, avèk lò pi; epi flè yo avèk lanp yo avèk pensèt yo, tout te an lò.
1KI 7:50 Epi tas yo avèk etoufè yo, bòl yo avèk kiyè yo ak plato an lò pi pou resevwa sann yo; epi chanyè pou toulède pòt kay enteryè yo, lye pi sen pase tout kote a, ak chanyè pou pòt kay la, sa vle di, gran sanktyè a, te an lò.
1KI 7:51 Konsa, tout travay ke Wa Salomon te fè lakay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te fè antre tout bagay ki te dedye pa papa li, David—ajan avèk lò ak zouti yo—li te mete yo nan trezò a lakay SENYÈ a.
1KI 8:1 Alò, Salomon te rasanble ansyen Israël yo avèk tout tèt a tribi yo, chèf a fanmi zansèt a fis Israël yo, kote Wa Salomon Jérusalem, pou mennen fè montelach akò SENYÈ a soti nan lavil David ki Sion an.
1KI 8:2 Tout mesye Israël yo te rasanble yo menm kote ak Wa Salomon nan fèt la nan mwa Éthanim nan, ki se setyèm mwa a.
1KI 8:3 Tout ansyen Israël yo te vini, e prèt yo te leve pran lach la.
1KI 8:4 Yo te mennen fè monte lach SENYÈ a, tant asanble a, avèk tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt yo avèk Levit yo te mennen fè yo monte.
1KI 8:5 Wa Salomon avèk tout kongregasyon Israël la, ki te rasanble vè li, te avèk li devan lach la. Yo t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab konte ni kontwole.
1KI 8:6 Prèt yo te mennen lach akò SENYÈ a nan plas li. Yo te mete l nan sanktyè enteryè a kay la, nan plas ki sen pase tout lòt yo a, anba zèl a cheriben yo.
1KI 8:7 Cheriben yo te lonje zèl pa yo anwo plas lach la e yo te sèvi kon yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo soti anwo.
1KI 8:8 Men poto yo te tèlman long ke pwent poto yo te vizib sèlman soti nan lye sen an devan sanktyè enteryè a. Men yo pa t kab wè pa deyò; epi yo la jis rive jodi a.
1KI 8:9 Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo wòch ke Moïse te mete la nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo, lè yo te sòti nan peyi Égypte la.
1KI 8:10 Li te fèt ke lè prèt yo te sòti nan lye sen an ke nwaj la te ranpli kay SENYÈ a,
1KI 8:11 jiskaske prèt yo pa t kab fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay SENYÈ a.
1KI 8:12 Alò, Salomon te di: “SENYÈ a te di ke Li ta abite nan nwaj pwès.
1KI 8:13 Mwen te vrèman bati pou Ou yon kay byen wo, yon plas pou Ou ta abite jis pou tout tan.”
1KI 8:14 Konsa, wa a te vire tounen e te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble Israël la te kanpe.
1KI 8:15 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch li a papa m David, e ki te akonpli sa avèk men l, e ki te di:
1KI 8:16 ‘Depi jou ke M te fè pèp Mwen an, Israël, sòti an Égypte, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou M ta bati yon kay pou non Mwen ta kapab la; men mwen te chwazi David pou renye sou pèp Mwen an, Israël.’
1KI 8:17 “Alò, sa te nan kè papa m, David pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
1KI 8:18 Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati yon kay pou non Mwen, ou te fè byen, paske se te nan kè ou.
1KI 8:19 Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm nan, li va bati kay la pou non Mwen.’
1KI 8:20 Alò, SENYÈ a te fin akonpli pawòl ke Li te pale a. Paske mwen te leve nan plas papa m, David. Mwen chita sou twòn Israël la, jan SENYÈ a te pwomèt la, e mwen te bati kay la pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
1KI 8:21 La mwen te poze yon plas pou lach la, nan sila akò a ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo lè Li te mennen yo soti nan peyi Égypte la.”
1KI 8:22 Salomon te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e te lonje ouvri men li vè syèl la.
1KI 8:23 Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen Bondye tankou Ou nan syèl la anwo, ni sou latè anba, k ap kenbe akò e montre lanmou dous a sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo,
1KI 8:24 ki te kenbe avèk sèvitè Ou, papa m, David, sa ke Ou te pwomèt li a. Anverite Ou te pale avèk bouch Ou e Ou te akonpli li avèk men Ou, jan sa ye nan jou sila a.
1KI 8:25 Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, papa m, sa ke Ou te pwomèt li a lè Ou te di: ‘Ou p ap manke yon nonm pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo veye chemen yo, pou mache devan Mwen menm jan ke ou te mache a.’
1KI 8:26 “Koulye a, pou sa, O Bondye Israël la, kite pawòl Ou, mwen priye, vin konfime ke Ou te pale a sèvitè Ou a, papa m, David.
1KI 8:27 Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!
1KI 8:28 Sepandan, gade lapriyè sèvitè Ou a, avèk siplikasyon pa li, O SENYÈ, Bondye mwen, pou koute kri ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou jodi a;
1KI 8:29 pou zye Ou ta rete louvri vè kay sila a lajounen kon lannwit, vè plas kote Ou te di: ‘Non Mwen va rete la,’ pou koute lapriyè ke sèvitè ou a va fè vè plas sa a.
1KI 8:30 Koute siplikasyon a sèvitè Ou, e a pèp Ou a, Israël lè yo priye vè plas sila a. Koute nan syèl la, kote Ou abite a; e lè Ou koute, padone.
1KI 8:31 “Si yon nonm peche kont vwazen li, e si li oblije fè yon ve, si li vin fè ve a devan lotèl Ou, nan kay sila a,
1KI 8:32 alò, tande nan syèl la e pran desizyon pou jije sèvitè Ou yo; kondane mechan an, fè chemen pa li a vin sou pwòp tèt li. Epi fè jistis vini sou sila ki dwat la, lè Ou ba li selon ladwati li.
1KI 8:33 “Lè pèp Ou a, Israël fin bat devan yon lènmi, akoz yo te peche kont Ou, si yo vire vè Ou ankò pou konfese non Ou, priye e fè siplikasyon vè Ou nan kay sa a,
1KI 8:34 alò, tande nan syèl la, e padone peche a pèp Ou a Israël, e mennen yo retounen nan peyi ke Ou te bay zansèt yo.
1KI 8:35 “Lè syèl yo fèmen e nanpwen lapli, akoz yo te peche kont Ou, si yo priye vè plas sila a, konfese non Ou, e vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo,
1KI 8:36 alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo, e a pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo nan bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, e voye lapli sou peyi ke Ou te bay a pèp Ou a, ke Ou te bay yo a kòm eritaj la.
1KI 8:37 “Si gen gwo grangou nan peyi a, si gen toumant, si gen gwo maladi sou jaden oswa bèt, oswa wouy, epidemi nan youn nan espès krikèt volan yo, si lènmi pa yo fè syèj sou yo nan peyi vil pa yo, nenpòt kalite toumant, nenpòt gwo maladi,
1KI 8:38 nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Israël yo, chak moun ki konnen afliksyon nan pwòp kè pa li, e ki leve men l ouvri vè kay sila a;
1KI 8:39 alò, tande nan syèl la, kote Ou abite a, padone, aji e rann a chak moun selon tout chemen yo, kè a sila Ou konnen an, paske se Ou sèl ki konnen kè a tout fis a lòm yo;
1KI 8:40 pou yo kapab gen lakrent Ou tout jou ke yo viv nan peyi ke Ou te bay a zansèt nou yo.
1KI 8:41 “Anplis, konsènan etranje ki pa apatyen a pèp Israël Ou a, lè li sòti nan yon peyi lwen pou koz non Ou,
1KI 8:42 (paske yo va tande afè gran non Ou, ak men pwisan Ou, ak bra louvri Ou), pou lè l vini fè lapriyè vè kay sila a,
1KI 8:43 tande nan syèl la, kote ou abite a e fè tout sa ke etranje a mande Ou fè, jis pou tout pèp sou tout latè yo kapab konnen non Ou, pou gen lakrent Ou, tankou pèp Ou a Israël, pou yo kapab konnen ke kay sila a, mwen te bati a, rele pa non pa Ou.
1KI 8:44 “Lè pèp Ou a sòti nan batay kont lènmi yo, nan nenpòt chemen Ou ta voye yo, e yo priye a SENYÈ nan direksyon vil ke Ou te chwazi a, ak kay ke mwen te bati pou non Ou a,
1KI 8:45 alò, tande nan syèl la lapriyè yo, ak siplikasyon yo, e bay soutyen a ka pa yo.
1KI 8:46 Lè yo peche kont Ou (pwiske nanpwen moun ki pa peche), Ou vin fache avèk yo, e Ou livre yo bay lènmi an pou fè yo sòti kaptif nan peyi a lènmi an, kit lwen, kit pre;
1KI 8:47 si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen kaptif la, yo vin repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi a sila ki te pran yo kaptif la, e di: ‘Nou te peche e te fè inikite, nou te aji mal;’
1KI 8:48 si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo nan peyi a lènmi ki te mennen yo kaptif yo, yo priye a Ou menm, vè peyi ke Ou te bay a zansèt yo, vil ke Ou te chwazi a, ak kay ke mwen te bati pou non Ou an;
1KI 8:49 alò, tande priyè yo, avèk siplikasyon yo, nan syèl la, plas kote Ou rete a e bay soutyen a koz pa yo,
1KI 8:50 epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou an ak tout transgresyon ke yo te fè kont Ou yo, e bay yo mizerikòd devan sila ki te fè yo kaptif yo, pou yo gen konpasyon pou yo.
1KI 8:51 (Pwiske se pèp Ou yo ye, e eritaj ke Ou te mennen sòti an Égypte la, ki te soti nan mitan founo fè a).
1KI 8:52 Pou zye Ou kapab louvri a siplikasyon a sèvitè Ou, e a siplikasyon a pèp Ou a, Israël, pou koute yo nenpòt lè ke yo rele Ou.
1KI 8:53 Paske Ou te mete yo apa de tout lòt pèp sou latè kòm eritaj Ou, jan Ou te pale pa Moïse, sèvitè Ou a, pandan Ou te mennen zansèt pa nou yo sòti an Égypte, O Senyè, BONDYE.”
1KI 8:54 Lè Salomon te fin priye tout priyè sila a, li te leve soti devan lotèl a SENYÈ a, soti sou jenou li avèk men li louvri anvè syèl la.
1KI 8:55 Li te kanpe e te beni tout asanble Israël la avèk yon gwo vwa. Li te di:
1KI 8:56 “Beni se SENYÈ a ki te bay repo a pèp Li a, Israël, selon tout sa ke Li te pwomèt yo. Pa menm yon mo pa t fè fayit nan tout bonte ke Li te pwomèt nou pa Moïse yo, sèvitè li a.
1KI 8:57 Ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk nou, jan Li te ye avèk zansèt nou yo. Ke Li pa janm kite nou ni abandone nou,
1KI 8:58 pou Li kapab atire kè nou vè Li menm, pou mache nan tout vwa Li yo e pou kenbe kòmandman Li yo avèk règleman Li yo avèk òdonans Li yo, ke Li te kòmande a zansèt nou yo.
1KI 8:59 Epi ke pawòl pa m sa yo, avèk sila mwen te fè siplikasyon devan SENYÈ a, kapab toupre SENYÈ a, Bondye pa nou an, lajounen kon lannwit, pou Li kapab bay soutyen a koz pèp Li a, Israël, jan chak jou mande a,
1KI 8:60 pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke SENYÈ a se Bondye; ke nanpwen okenn lòt.
1KI 8:61 “Pou sa, kite kè nou vin dedye nèt a SENYÈ a, pou mache nan règleman Li yo, kenbe kòmandman Li, menm jan sa ye nan jou sila a.”
1KI 8:62 Alò, wa a ak tout Israël avèk li te ofri sakrifis yo devan SENYÈ a.
1KI 8:63 Salomon te ofri kòm ofrann lapè ke Li te lofri SENYÈ a, venn-de-mil bèf avèk san-ven-mil mouton. Konsa wa a, avèk tout fis Israël yo te dedye kay SENYÈ a.
1KI 8:64 Nan menm jou sa a, wa a te konsakre lakou mitan ki te devan kay SENYÈ a, akoz se la li te ofri ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, e grès a ofrann lapè yo. Paske lotèl bwonz ki te devan SENYÈ a te twò piti pou kenbe ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, avèk grès a ofrann lapè yo.
1KI 8:65 Konsa, Salomon te obsève fèt la nan lè sa a, e tout Israël avèk li, yon gran asanble soti nan antre Hamath jis rive nan ti kouran dlo Égypte la, devan SENYÈ a Bondye nou an, pandan sèt jou e avèk sèt jou anplis, katòz jou nèt.
1KI 8:66 Nan uityèm jou a, li te voye pèp la ale, e yo te beni wa a. Epi yo te ale nan tant pa yo ranpli avèk jwa, kontan nan kè pou tout bonte ke SENYÈ a te montre a David, sèvitè li, e a Israël, pèp Li a.
1KI 9:1 Alò, li te vin rive ke lè Salomon te fin bati kay SENYÈ a, ak kay wa a ak tout sa ke Salomon te vle fè,
1KI 9:2 SENYÈ a te parèt a Salomon yon dezyèm fwa, jan Li te parèt kote li nan Gabaon an.
1KI 9:3 SENYÈ a te di li: “Mwen fin tande priyè ou ak siplikasyon ke ou te fè devan M nan. Mwen te konsakre kay sa a ke ou te bati nan mete non Mwen la pou tout tan. Zye Mwen avèk kè Mwen va la pou tout tan ale nèt.
1KI 9:4 E selon ou menm, si ou va mache devan Mwen tankou papa ou, David te mache a, nan entegrite a kè ou, avèk ladwati, e fè selon tout sa ke M te kòmande ou yo, e si ou va kenbe règleman Mwen yo, avèk òdonans Mwen yo,
1KI 9:5 alò, Mwen va etabli twòn wayòm ou sou Israël pou tout tan, jis jan ke M te pwomèt a papa ou, David la, lè M te di: ‘Ou p ap janm manke yon moun sou twòn Israël la.’
1KI 9:6 Men si ou menm, oswa fis ou yo, anverite, vire kite Mwen e pa kenbe kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen ke M te mete devan nou yo; epi ale sèvi lòt dye pou adore yo,
1KI 9:7 alò, Mwen va koupe, retire Israël soti nan peyi ke M te ba yo a, ak kay ke M te konsakre a non Mwen an. Mwen va retire li devan zye m. Konsa, Israël va devni yon pwovèb ak yon pawòl rizib pami tout pèp yo.
1KI 9:8 Epi kay sila a va devni yon pil ranblè. Tout moun ki pase va sezi e soufle e yo va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi ak kay sa a?
1KI 9:9 Epi konsa yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te mennen zansèt pa yo sòti nan peyi Égypte la. Yo te adopte lòt dye pou te adore yo ak sèvi yo. Pou sa, SENYÈ a te fè rive tout gwo twoub sa a sou yo.’”
1KI 9:10 Li te vin rive vè fen ventan ke Salomon t ap bati de kay yo, kay SENYÈ a ak kay wa a,
1KI 9:11 (Hiram, wa Tyr la te founi Salomon avèk bwa sèd ak bwa pichpen avèk lò, selon sa ke li te vle a), alò, Wa Salomon te bay Hiram ven vil nan peyi Galilée.
1KI 9:12 Konsa, Hiram te sòti Tyr pou vin wè vil ke Salomon te ba li yo, e yo pa t fè l kontan.
1KI 9:13 Li te di: “Ki vil sa yo ke ou te ban mwen yo, frè mwen?” Pou rezon sa a, yo te ba yo non a peyi a Cabul menm rive jis jodi a.
1KI 9:14 Epi Hiram te voye a wa a san ven talan lò.
1KI 9:15 Alò, sa se istwa a travay kòve ke Wa Salomon te fè leve pou bati kay SENYÈ a, lakay pa li a, ak Sitadèl Millo a, miray Jérusalem nan, Hatsor, Méguiddo ak Guézer.
1KI 9:16 Paske Farawon, wa Égypte la te monte, kaptire Guézer. Li te brile li avèk dife, e li te touye Kananeyen ki te rete nan vil yo. Epi li te ba li kòm dwa maryaj fi li a, madanm a Salomon.
1KI 9:17 Konsa, Salomon te rebati Guézer, e piba Beth-Horon,
1KI 9:18 epi Balath avèk Tamar nan dezè a, nan peyi Juda,
1KI 9:19 ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, menm vil pou cha li ak vil pou chevalye pa li yo avèk tout sa ki te fè Salomon plezi pou bati Jérusalem, nan Liban ak nan tout tèritwa a anba règ pa li.
1KI 9:20 Tout pèp ki te retay Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, Jebizyen yo, ki pa t nan fis Israël yo—
1KI 9:21 ak desandan yo ki te swiv yo, nan peyi ke fis Israël yo pa t kapab fin detwi nèt—soti nan yo, Salomon te leve ouvriye kòve yo, menm jiska jodi a.
1KI 9:22 Men Salomon pa t fè esklav yo pami fis Israël yo, paske yo te sèvi kòm mesye lagè yo, sèvitè li yo, prens li yo, kapitèn li yo, kòmandan a cha li yo, avèk chevalye li yo.
1KI 9:23 Sila yo se te chèf ofisye ki te sou zèv Salomon yo; senk-san-senkant ki te chèf sou moun ki te fè travay la yo.
1KI 9:24 Men fi Farawon an te monte soti nan vil David la pou rive nan kay ki te bati pou li a. Epi konsa, Salomon te bati Sitadèl Millo a.
1KI 9:25 Alò, twa fwa pa ane, Salomon te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè sou lotèl ke li te bati bay SENYÈ a. Li te brile lansan sou yo, sou lotèl ki te devan SENYÈ a. Konsa, li te fini kay la.
1KI 9:26 Wa Salomon osi te bati yon kantite gwo bato nan Etsjon-Guéber, ki te toupre Éloth arebò Lamè Wouj la, nan peyi Édom an.
1KI 9:27 Epi Hiram te voye sèvitè li yo avèk bato yo, moun lanmè ki te konnen afè lanmè, ansanm avèk sèvitè a Salomon yo.
1KI 9:28 Yo te ale Ophir, yo te pran kat-san-ven talan an lò soti la e yo te pote bay Wa Salomon.
1KI 10:1 Alò, lè rèn Séba a te tande koze a repitasyon Salomon pa non SENYÈ a, li te vini pou pase l a leprèv avèk kesyon difisil.
1KI 10:2 Li te vini Jérusalem avèk yon trè gran kantite moun, avèk chamo ki t ap pote epis, anpil lò avèk pyè presye. Lè li te vini kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li.
1KI 10:3 Salomon te reponn a tout kesyon li yo; anyen pa t kache a wa a pou l pa t eksplike li.
1KI 10:4 Lè rèn a Séba te vin konprann tout sajès a Salomon an, kay ke li te bati a,
1KI 10:5 manje sou tab li, kapasite sèvitè li yo, jan moun ki te sèvi tab yo te atantif, jan yo abiye, pòtè tas diven yo, ak eskalye li, kote li te monte rive lakay SENYÈ a, li te vin pa gen kouraj ankò.
1KI 10:6 Konsa, li te di a wa a: “Rapò ke m te tande soti nan peyi mwen selon pawòl ou avèk sajès ou a te vrè.
1KI 10:7 Men mwen pa t kwè rapò yo jiskaske mwen te rive e zye m te wè li. Epi vwala, yo pa t pale m mwatye verite. Ou depase nan sajès avèk richès rapò ke m te tande a.
1KI 10:8 Jan mesye pa ou yo beni! Beni se sèvitè ki kanpe devan ou yo tout tan pou tande sajès ou.
1KI 10:9 Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou pou mete ou sou twòn Israël la. Akoz SENYÈ a te renmen Israël pou tout tan, se pou sa Li te fè ou wa, pou fè lajistis avèk ladwati.”
1KI 10:10 Li te bay wa a san-ven talan lò, yon gran kantite epis avèk pyè presye. Fòs kantite epis sa a tankou sa ke rèn Séba a te bay a Wa Salomon an pa t janm antre ankò.
1KI 10:11 Osi, bato a Hiram ki te pote lò ki sòti Ophir yo, te mennen fè antre soti Ophir yon gran kantite pye bwa koray avèk pyè presye.
1KI 10:12 Wa a te fè soutyen lakay SENYÈ a avèk lakay wa a avèk bwa koray yo e osi ap yo avèk gita pou chantè yo. Bwa koray yo tankou sila yo pa t janm antre ankò, ni yo pa t janm wè jis rive jodi a.
1KI 10:13 Wa Salomon te bay a rèn Séba tout sa ke li te dezire, tout sa ke li te mande, anplis de sa li te ba li selon bonte wayal li. Konsa, li te vire retounen nan pwòp peyi pa li a, ansanm avèk sèvitè pa li yo.
1KI 10:14 Alò, pwa lò a ki te antre pou Salomon nan yon ane se te sis-san-swasann-sis talan lò,
1KI 10:15 anplis de sa ki te sòti nan machann avèk byen a tout komèsan yo, tout wa pami Arab yo avèk gouvènè nan chak peyi yo.
1KI 10:16 Wa Salomon te fè de-san gran boukliye avèk lò bat avèk sis-san sik lò nan chak gran boukliye.
1KI 10:17 Avèk twa-san boukliye nan lò bat, ki te sèvi twa min lò sou chak boukliye e wa a te mete yo nan kay Forè Liban an.
1KI 10:18 Anplis, wa a te fè yon gwo twòn avèk ivwa e li te kouvri li avèk lò rafine.
1KI 10:19 Avèk sis machpye monte pou rive nan twòn nan, e yon tèt won sou twòn nan pa dèyè li, bra yo nan chak kote chèz la, e de lyon ki te kanpe akote bra yo.
1KI 10:20 Douz lyon te kanpe la sou sis machpye yo, sou yon kote e menm jan an sou lòt la. Anyen tankou li pa t fèt nan okenn lòt wayòm.
1KI 10:21 Tout veso a Wa Salomon pou bwè yo te fèt an lò. Tout veso nan kay Forè a Liban yo te an lò pi. Nanpwen ki te an ajan. Sa pa t konsidere kòm bagay chè nan jou a Salomon yo.
1KI 10:22 Paske wa a te gen sou lanmè a bato a Tarsis avèk bato a Hiram yo. Yon fwa chak twazan bato a Tarsis yo te vini pote lò avèk ajan, ivwa avèk makak ak bèl zwazo pan yo.
1KI 10:23 Konsa, Wa Salomon te vin pi gran ke tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès.
1KI 10:24 Tout latè t ap chache prezans a Salomon pou tande sajès li ke Bondye te mete nan kè li.
1KI 10:25 Chak moun te pote kado li, afè an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval avèk milèt, an gran kantite ane pa ane.
1KI 10:26 Alò, Salomon te ranmase cha avèk cheval yo. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo avèk wa a nan Jérusalem.
1KI 10:27 Wa a te fè ajan vin gaye toupatou tankou wòch Jérusalem. Li te fè sèd yo vin anpil tankou bwa sikomò ki rete nan ba plèn nan.
1KI 10:28 Osi, lè Salomon te enpòte cheval yo, yo te soti an Égypte avèk Kuwe. Machann a wa yo te chache yo soti Kuwe pou yon pri.
1KI 10:29 Yon cha te konn enpòte soti Égypte pou sis-san sik an ajan ak yon cheval pou san-senkant e pa menm mwayen an, yo te ekspòte yo a tout wa Etyen avèk wa Siryen yo.
1KI 11:1 Alò, Wa Salomon te renmen anpil fanm etranje ansanm avèk fi Farawon an: Moabit yo, Amonit yo, Edomit yo, Sidonyen yo ak fanm Etyen yo,
1KI 11:2 ki te soti nan nasyon de sila SENYÈ a te di a fis Israël yo, “Ou p ap asosye avèk yo, ni yo p ap asosye avè w; paske yo va anverite vire kè ou lwen apre dye pa yo.” Salomon te kenbe rèd a sila yo nan renmen an.
1KI 11:3 Li te gen sèt-san prensès kòm madanm, twa-san ti mennaj e madanm li yo te vire kè li lwen.
1KI 11:4 Paske lè Salomon te vin vye, madanm li yo te vire kè li lwen apre lòt dye yo. Epi kè li pa t konsakre nèt a SENYÈ a, Bondye pa li a, jan kè David, papa li te ye a.
1KI 11:5 Paske Salomon te kouri dèyè Astarté deyès a Sidonyen yo e apre Milcom, zidòl abominab a Amonit yo.
1KI 11:6 Salomon te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a e li pa t swiv SENYÈ a nèt, jan David, papa li te fè a.
1KI 11:7 Epi Salomon te bati yon wo plas pou Kemosh, wa abominab a Moab la, sou mòn ki nan lès Jérusalem lan e pou Moloc, zidòl abominab a fis a Ammon yo.
1KI 11:8 Se konsa li te fè pou tout madanm etranje li yo. Li te brile lansan e fè sakrifis a dye pa yo.
1KI 11:9 Alò, SENYÈ a te byen fache avèk Salomon akoz kè li te vire lwen SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te vin parèt a li de fwa.
1KI 11:10 Li te kòmande li sou bagay sa a, ke li pa ta dwe ale apre lòt dye yo, men li pa t swiv sa ke SENYÈ a te kòmande a.
1KI 11:11 Pou sa, SENYÈ a te di a Salomon: “Akoz ou te fè sa e ou pa t kenbe akò Mwen, avèk règleman Mwen yo, ke M te kòmande ou pou fè yo, Mwen va, anverite, chire wayòm nan soti nan men ou e Mwen va bay li a sèvitè ou.
1KI 11:12 Sepandan, se pa nan jou pa w yo ke M ap fè l, pou koz David, papa ou. Men m ap chire l nan men fis ou yo.
1KI 11:13 Malgre sa, mwen p ap rache tout wayòm nan, men Mwen va bay yon tribi a fis ou pou koz a sèvitè Mwen an, David e pou koz Jérusalem ke M te chwazi a.”
1KI 11:14 Alò, SENYÈ a te fè leve yon lènmi a Salomon, Hadad, Edomit lan; li te nan ras wayal a Édom an.
1KI 11:15 Paske li te vin rive ke lè David te Édom e Joab, chèf lame a te monte pou antere mò yo, li te frape touye tout gason nan Édom yo
1KI 11:16 (paske Joab avèk tout Israël te rete la pandan si mwa, jiskaske li te koupe, fè desann tout gason nan Édom yo.)
1KI 11:17 Se nan moman sa a ke Hadad te sove ale rive an Égypte, li menm avèk kèk Edomit ki te sèvitè a papa li avèk li, pandan Hadad te jenn gason.
1KI 11:18 Yo te leve soti Madian, pou rive Paran. Yo te pran mesye yo avèk yo soti Paran pou te rive an Égypte, kote Farawon, wa Égypte la. Farawon te bay yo yon kay e li te founi Hadad avèk manje e li te bay li tè.
1KI 11:19 Alò, Hadad te twouve gran favè devan Farawon. Konsa, li te ba li nan maryaj, sè a pwòp madanm li, sè a Thachpenès, rèn nan.
1KI 11:20 Sè a Thachpenès la te fè fis li, Guenubath, ke Thachpenès te sevre lakay Farawon pami fis a Farawon yo.
1KI 11:21 Men lè Hadad te tande an Égypte ke David te dòmi avèk zansèt li yo, e ke Joab, chèf lame a te mouri, Hadad te di a Farawon: “Voye mwen ale, pou m kab rive nan pwòp peyi pa mwen.”
1KI 11:22 Alò, Farawon te di li: “Men kisa ou te manke avè m, ke konsa, w ap chache ale nan pwòp peyi pa ou?” Li te reponn li: “Anyen: men anverite, fòk ou kite mwen ale.”
1KI 11:23 Bondye te osi leve yon lòt lènmi a li menm, Rezon, fis a Éliada a, ki te sove ale devan Chèf li, Hadadézer wa Tsoba a.
1KI 11:24 Li te ranmase moun vè li menm pou te devni chèf a yon twoup bandi mawon. Apre David te vin touye yo nan Tsoba, yo te deplase a Damas pou rete la e te renye Damas.
1KI 11:25 Konsa, li te lènmi a Israël pou tout jou a Salomon yo, ansanm avèk mechanste ke Hadad te fè yo. Li te rayi Israël e li te renye sou Syrie.
1KI 11:26 Alò, Jéroboam, fis a Nebath la, yon Efratyen nan Tseréda, yon sèvitè a Salomon, manman a sila ki te rele Tserua a, yon vèv, li osi te fè rebèl kont wa a.
1KI 11:27 Alò, se te pou rezon sa ke li te fè rebèl kont wa a: Salomon te bati sitadèl Millo, e li te fèmen brèch nan lavil papa l la, David.
1KI 11:28 Alò, Jéroboam te yon gèrye vanyan e lè Salomon te wè ke jennonm nan te travay byen, li te chwazi li sou tout kòvey lakay Joseph yo.
1KI 11:29 Li te vin rive vè lè sa a, lè Jéroboam te kite Jérusalem, ke pwofèt la, Achija, te mete yon manto nèf sou li; epi yo de a te rankontre ansanm san lòt moun nan mitan chan an.
1KI 11:30 Alò, Achija te sezi kenbe manto nèf ki te sou li a, e li te chire li an douz mòso.
1KI 11:31 Li te di a Jéroboam: “Pran pou ou menm dis mòso; paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen va chire wayòm nan sòti nan men Salomon, e ba ou dis tribi
1KI 11:32 (men li va gen yon tribi pou koz sèvitè Mwen an, David, ak pou koz Jérusalem, vil ke M te chwazi soti nan tout tribi Israël yo),
1KI 11:33 akoz yo te abandone Mwen e te adore Astarté deyès a Sidonyen yo, Kemosh, dye a Moab la ak Milcom, dye a fis Ammon yo. Epi yo pa t mache nan vwa Mwen yo, pou fè sa ki dwat nan zye M, e swiv règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, jan papa li, David te fè a.
1KI 11:34 “‘Sepandan, Mwen p ap pran tout wayòm nan sòti nan men l, men Mwen va fè li chèf pandan tout jou lavi li, pou koz David, ke Mwen te chwazi, ki te swiv kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo,
1KI 11:35 men Mwen va rache wayòm nan nan men fis li pou bay ou, menm dis tribi.
1KI 11:36 Men a fis li yo, mwen va bay yon tribi, pou sèvitè Mwen an, David kab toujou gen yon lanp devan Mwen nan Jérusalem, vil kote Mwen te chwazi pou Mwen menm nan pou mete non Mwen an.
1KI 11:37 Mwen va pran ou e ou va renye sou nenpòt sa ou vle e ou va wa sou Israël.
1KI 11:38 Epi li va ye, ke si ou koute tout sa ke M kòmande ou, mache nan vwa Mwen yo, fè sa ki dwat nan zye Mwen, e swiv règleman Mwen yo avèk kòmandman Mwen yo jan sèvitè Mwen David te fè a, alò, Mwen va avèk ou pou bati pou ou yon kay k ap dire, jis jan ke M te bati pou David la, e Mwen va bay Israël a ou menm.
1KI 11:39 Konsa, Mwen va aflije desandan a David yo pou sa, men pa pou tout tan.’”
1KI 11:40 Akoz sa, Salomon te chache mete Jéroboam a lanmò, men Jéroboam te leve e te sove ale rive an Égypte kote Schischak, wa Égypte la, e li te rete an Égypte jiska lanmò Salomon.
1KI 11:41 Alò tout lòt zèv a Salomon yo ak tout sa li te fè ak sajès li, èske yo pa ekri nan liv a zèv Salomon yo?
1KI 11:42 Konsa, tan ke Salomon te renye Jérusalem sou tout Israël la se te karantan.
1KI 11:43 Epi Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan vil a papa li, David e fis li a, Roboam te renye nan plas li.
1KI 12:1 Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè li wa a.
1KI 12:2 Alò, lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, li t ap viv an Égypte (paske li te toujou an Égypte kote li te sove ale rive soti nan prezans a Wa Salomon).
1KI 12:3 Konsa, yo te voye rele li e Jéroboam avèk tout asanble Israël la te vin pale avèk Roboam. Yo te di:
1KI 12:4 “Papa ou te fè jouk nou rèd. Alò pou sa, fè sèvis di a papa ou vin pi lejè e mwens lou ke li te mete sou nou e nou va sèvi ou.”
1KI 12:5 Epi li te di yo: “Kite mwen pandan twa jou e retounen bò kote mwen.” Konsa, pèp la te ale.
1KI 12:6 Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te sèvi papa li yo, Salomon, pandan li te toujou vivan an, e li te di: “Ki konsèy n ap ban mwen pou repons a pèp sa a?”
1KI 12:7 Alò, yo te pale avèk li. Yo te di: “Si ou va sèvi pèp sa a jodi a, sede a yo sa ke yo mande e pale bon pawòl avèk yo. Konsa, yo va sèvitè ou pou tout tan.”
1KI 12:8 Men li te rejte konsèy ansyen yo te bay li a e li te konsilte avèk jennonm ki te elve ansanm avèk li pou te sèvi li a.
1KI 12:9 Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou nou kapab reponn pèp sa a ki te pale avè m e te di: ‘Fè jouk ke papa ou te mete sou nou an vin pi lejè’?”
1KI 12:10 Jennonm ki te elve ansanm avèk li yo te reponn li e te di: “Se konsa pou ou ta pale avèk pèp sa a ki te pale avèk ou a pou di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou. Alò, ou menm, fè l vin pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va di yo: ‘Ti dwèt pi piti mwen an pi gwo ke senti papa mwen!
1KI 12:11 Kote nou wè papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete ankò sou jouk nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt; men mwen va sèvi ak eskòpyon.’”
1KI 12:12 Alò, Jéroboam avèk tout pèp la te vini a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande l la, lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.
1KI 12:13 Wa a te reponn pèp la byen rèd, paske li te abandone konsèy ke ansyen yo te bay li a.
1KI 12:14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e te di: ‘Papa m te fè jouk nou byen lou, men mwen va mete anplis sou fado nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.’”
1KI 12:15 Konsa, wa a pa t koute pèp la; paske evenman yo se te yon dewoulman ki te sòti nan SENYÈ a, jis pou Li ta kapab etabli pawòl ke SENYÈ a te pale pa Achija, Siloyit la, a Jéroboam, fis a Nebath la.
1KI 12:16 Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pati nou gen nan David? Nanpwen eritaj nan fis Jesse a; Rive nan tant ou yo O Israël! Soti koulye a! Konsa, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa Israël te pati rive nan tant pa yo.
1KI 12:17 Men pou fis Israël ki te rete nan vil Juda yo, Roboam te renye sou yo.
1KI 12:18 Epi Wa Roboam te voye Adoram ki te chèf sou kòve yo, e tout Israël te lapide li avèk kout wòch jiska lanmò. Konsa, Wa Roboam te fè vit monte cha li pou kite Jérusalem.
1KI 12:19 Konsa, Israël te fè rebèl kont lakay David jiska jodi a.
1KI 12:20 Li te vin rive ke lè tout Israël te tande ke Jéroboam te retounen, yo te voye rele li nan asanble a pou te fè li wa sou tout Israël. Okenn sof ke Juda te swiv lakay David.
1KI 12:21 Alò, lè Roboam te retounen Jérusalem, li te rasanble tout kay Juda a ak tribi Benjamin an, 180,000 mesye chwazi ki te gèrye, pou goumen kont lakay Israël la pou restore wayòm a Roboam nan, fis Salomon an.
1KI 12:22 Men pawòl Bondye te vini a Schemaeja, nonm a Bondye a, e te di:
1KI 12:23 “Pale avèk Roboam, fis a Salomon an, wa Juda a e a tout lakay Juda avèk Benjamin, a tout lòt pèp yo. Di yo:
1KI 12:24 ‘Konsa pale SENYÈ a, “Fòk ou pa monte goumen kont fanmi ou yo, fis Israël yo. Retounen tout moun nan nou lakay nou, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen fè wout yo selon pawòl SENYÈ a.
1KI 12:25 Epi, Jéroboam te bati Sichem nan peyi ti kolin Ephraïm yo, e li te rete la. Li te sòti depi la pou te bati Penuel.
1KI 12:26 Jéroboam te di nan kè l: “Koulye a, wayòm nan va retounen lakay David.
1KI 12:27 Si moun sa yo monte pou ofri sakrifis nan kay SENYÈ a Jérusalem; alò, kè a pèp sa a va retounen vè mèt yo; menm vè Roboam, wa Juda a. Epi yo va touye mwen e retounen a Roboam, wa Juda a.”
1KI 12:28 Pou sa, wa Jéroboam te konsilte, e li te fè de ti bèf an lò. Li te di a pèp la: “Se twòp pou nou ta monte Jérusalem. Men vwala, dye pa nou yo, O Israël, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la.”
1KI 12:29 Li te plase youn nan Béthel e lòt la, li te mete li Dan.
1KI 12:30 Alò, bagay sa a te devni yon peche. Paske pèp la te ale pou adore devan youn nan yo jis rive Dan.
1KI 12:31 Konsa, Jéroboam te fè kay sou wo plas yo e li te fè prèt yo soti pami moun ki pa t pami fis a Lévi yo.
1KI 12:32 Jéroboam te etabli yon fèt nan di-zuityèm mwa, sou kenzyèm jou nan mwa a, tankou fèt ki nan Juda a, e li te monte vè lotèl la. Konsa li te fè nan Béthel e li te fè sakrifis a ti bèf ke li te fè yo. Anplis, li te estasyone Béthel prèt pou wo plas ke li te fè yo.
1KI 12:33 Alò, li te monte kote lotèl ke li te fè Béthel nan kenzyèm jou nan di-zuityèm mwa ke li te chwazi nan pwòp kè li a; epi li te etabli yon fèt pou fis Israël yo, e li te monte vè lotèl la pou brile lansan.
1KI 13:1 Alò, vwala, te vini yon nonm Bondye soti Juda rive Béthel pa pawòl SENYÈ a, pandan Jéroboam te kanpe akote lotèl la pou brile lansan an.
1KI 13:2 Li te kriye kont lotèl la pa pawòl SENYÈ a. Li te di: “O lotèl, lotèl, konsa di SENYÈ a: ‘Veye byen, yon fis va ne nan kay David la. Josias va non li. Epi sou ou, li va fè sakrifis a prèt ki brile lansan sou ou yo, ak zo Kretyen yo ki va brile sou ou.’”
1KI 13:3 Konsa, li te bay yon sign nan menm jou sa, e li te di: “Sa se sign ke SENYÈ a te pale a: Gade byen, lotèl la va vin fann separe e sann ki sou li yo va vide deyò.”
1KI 13:4 Alò, lè wa a te tande pawòl a nonm Bondye a, ke li te kriye kont lotèl Béthel la, Jéroboam te lonje men l soti nan lotèl la. Li te di: “Sezi li.” Men men ke li te lonje kont li an te vin sèch, jiskaske li pa t kab rale retounen l kote li.
1KI 13:5 Lotèl la osi te ouvri fann e sann yo te vide nèt soti nan lotèl la, selon sign ke nonm a Bondye a te bay selon pawòl SENYÈ a.
1KI 13:6 Wa a te di a nonm Bondye a: “Souple, fè yon lapriyè a SENYÈ a, Bondye ou a e mande pou mwen, pou men m kapab vin restore a mwen menm.” Konsa, nonm Bondye a te priye a SENYÈ a, epi men a wa a te restore de li menm. Li te vin jan li te ye avan an.
1KI 13:7 Alò, wa a te di a nonm Bondye a: “Vin lakay la avèk mwen pou rafrechi ou, e mwen va ba ou yon rekonpans.”
1KI 13:8 Men nonm Bondye a te di a wa a: “Menmsi ou te ban mwen menm mwatye kay ou, mwen pa t ap prale avèk ou, ni mwen pa t ap manje pen, ni bwè dlo nan plas sa a.
1KI 13:9 Paske se konsa li te kòmande mwen pa pawòl SENYÈ a e te di: ‘Ou pa pou manje okenn pen, ni bwè dlo, ni retounen pa chemen ke ou te vini an.’”
1KI 13:10 Pou sa, li te fè yon lòt chemen e li pa t retounen pa chemen ke li te vini Béthel la.
1KI 13:11 Alò, yon pwofèt granmoun t ap viv Béthel, epi fis li yo te vini pou te di li tout zèv ke nonm Bondye a te fè pandan jou sa nan Béthel. Yo te pale li pawòl yo ke li te pale a wa a.
1KI 13:12 Papa yo te di yo: “Se ki direksyon li te pran?” Alò, fis li yo te wè direksyon ke nonm Bondye ki te sòti Juda a te pran an.
1KI 13:13 Epi li te di a fis li yo: “Sele bourik la pou mwen.” Konsa, yo te sele bourik la pou li e li te sòti sou li.
1KI 13:14 Konsa, li te ale dèyè nonm Bondye a. Li te twouve li te chita anba yon pye bwadchenn. Konsa, li te mande l: “Èske ou menm se nonm Bondye ki te sòti Juda a?” Li te reponn: “Se mwen”.
1KI 13:15 Konsa, li te di li: “Vin lakay mwen pou manje pen.”
1KI 13:16 Li te di: “Mwen p ap kab retounen avèk ou, ni ale avèk ou, ni mwen p ap manje pen ni bwè dlo avèk ou nan plas sa a.
1KI 13:17 Paske yon lòd rive jwenn mwen pa pawòl SENYÈ a: ‘Ou pa pou manje pen, ni bwè dlo, ni pa retounen pa chemen ke ou te vini an.’”
1KI 13:18 Li te di li: “Mwen menm se yon pwofèt tankou ou, e yon zanj te pale avèk mwen pa pawòl SENYÈ, e li te di: ‘Mennen li retounen lakay ou avèk ou pou l kab manje pen ak bwè dlo. Men se manti li t ap fè.’”
1KI 13:19 Konsa, li te retounen avèk li e te manje pen lakay li a e te bwè dlo.
1KI 13:20 Alò, li te vin rive, pandan yo te chita sou tab la a, ke pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt ki te fè li retounen an;
1KI 13:21 epi li te kriye a nonm Bondye ki te sòti Juda a, e li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te dezobeyi kòmandman SENYÈ a e pa t swiv lòd ke SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande ou a,
1KI 13:22 men ou te retounen, ou te manje pen e bwè dlo nan plas kote Li te di ou: “Pa manje okenn pen ni bwè okenn dlo a”; kò ou p ap rive nan tonm papa ou a.’”
1KI 13:23 Li te vin rive lè li te fin manje pen an e bwè a, ke li te sele bourik la pou li, pou pwofèt la te mennen li retounen.
1KI 13:24 Alò, lè li t ap prale, yon lyon te rankontre li sou wout la e te touye li, kò li te jete sou wout la, avèk bourik la kanpe akote li ak lyon an osi te kanpe akote kò a.
1KI 13:25 Epi vwala, moun yo t ap pase kote l, e yo te wè kò a jete sou wout la ak lyon an ki te kanpe akote kò a. Konsa, yo te rive pale sa nan vil kote pwofèt granmoun nan te rete a.
1KI 13:26 Alò, lè pwofèt ki te mennen li retounen soti nan chemen an te tande sa, li te di: “Se nonm Bondye ki te dezobeyi lòd SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te bay li a lyon, ki te chire li e touye li selon pawòl ke SENYÈ a te pale li a.”
1KI 13:27 Alò, li te pale avèk fis li yo e te di: “Sele bourik la pou mwen.” Epi yo te sele li.
1KI 13:28 Li te ale twouve kò li ki te jete sou wout la avèk bourik la ak lyon ki te kanpe akote kò a. Lyon an pa t manje kò a, ni li pa t chire bourik la.
1KI 13:29 Konsa, pwofèt la te leve pran kò a nonm Bondye a. Li te kouche li sou bourik la, e li te mennen li retounen. Li te rive nan vil a pwofèt granmoun nan pou kriye pou li e antere li.
1KI 13:30 Li te kouche kadav la nan pwòp tonm pa li, e yo te kriye pou li, e te di: “Anmwey, frè m!”
1KI 13:31 Apre li te fin antere li, li te pale avèk fis li yo e te di: “Lè m mouri, antere mwen nan tonm kote nonm Bondye a antere a. Kouche zo pa m yo akote zo pa l yo.
1KI 13:32 Paske bagay la, anverite, va rive ke li te kriye selon pawòl SENYÈ a kont lotèl la Béthel ak kont tout kay plas wo ki nan vil a Samarie yo.”
1KI 13:33 Apre evenman sa a, Jéroboam pa t kite chemen mechanste li, men ankò li te fè prèt pou wo plas yo soti nan tout pèp la. Nenpòt moun ki ta vle fè sa, li te òdone pou devni prèt nan wo plas yo.
1KI 13:34 Evenman sa a te devni peche lakay Jéroboam, jis menm pou ta detwi kay li e fè l disparèt sou fas tè a.
1KI 14:1 Nan lè sa a, Abija, fis a Jéroboam nan, te vin malad.
1KI 14:2 Jéroboam te di a madanm li: “Leve vit e abiye kòmsi pou yo pa rekonèt ou kòm madanm a Jéroboam. Konsa, ale Silo! Gade byen, Achija, pwofèt ki te pale konsènan mwen kòm wa sou pèp sa a la.
1KI 14:3 Pran dis pen avèk ou, kèk gato ak yon boutèy siwo myèl, e ale kote li. Li va di ou kisa ki va rive gason an.”
1KI 14:4 Madanm a Jéroboam nan te fè sa, li te leve ale Silo e li te rive kote lakay Achija. Alò, Achija pa t kab wè, pwiske zye li te vin fèb akoz laj li.
1KI 14:5 Alò, SENYÈ a te di a Achija: “Gade byen, madanm a Jéroboam nan ap vin mande ou konsèy de fis li a, paske li malad. Ou va pale li konsa; paske li va fèt ke lè l rive, l ap fè kòmsi se yon lòt fanm li ye.”
1KI 14:6 Lè Achija te tande son a pye li ki t ap antre nan pòtay la, li te di: “Antre, madanm a Jéroboam, poukisa w ap fè kòmsi se yon lòt fanm ou ye a? Paske mwen te voye kote ou avèk yon mesaj byen di.
1KI 14:7 Ale, pale Jéroboam: ‘Konsa pale SENYÈ a. Bondye Israël la: “Akoz Mwen te egzalte ou soti nan mitan pèp la, e te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël,
1KI 14:8 e akoz Mwen te chire wayòm nan sòti lakay David pou te bay li a ou menm—sepandan, ou pa t fè jan sèvitè mwen an, David, ki te kenbe kòmandman Mwen yo e ki te swiv Mwen avèk tout kè li, pou fè sèlman sa ki te dwat nan zye Mwen.
1KI 14:9 Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou te fè pou ou menm lòt dye avèk imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou—
1KI 14:10 Pou sa, gade byen, Mwen ap mennen gwo malè sou lakay Jéroboam e Mwen va koupe retire nan men Jéroboam tout gason, ni lib, ni esklav an Israël e Mwen va fè bale nèt lakay Jéroboam jan yon moun ta bale fè sòti poupou bèt jiskaske li retire li nèt.
1KI 14:11 Nenpòt moun ki apatyen a Jéroboam ki mouri nan vil la, chen va manje li. Epi sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje l, paske SENYÈ a te pale.”’
1KI 14:12 Koulye a, ou menm, leve ale lakay ou. Lè pye ou fin antre nan vil la, pitit la va mouri.
1KI 14:13 Tout Israël va fè lamantasyon pou li e antere li, paske se sèlman li nan tout fanmi Jéroboam ki va rive nan tonm nan, akoz nan li, yon bon bagay te twouve anvè SENYÈ a, Bondye Israël la, nan kay Jéroboam nan.
1KI 14:14 Anplis, SENYÈ a va fè leve pou kont Li, yon wa sou Israël ki va koupe lakay Jéroboam. Men jou sa rive! E kisa? Wi. Koulye a menm!
1KI 14:15 Paske SENYÈ a va frape Israël, tankou yon wozo k ap tranble nan dlo. Epi Li va dechouke Israël soti nan bon peyi ke Li te bay a zansèt pa li yo, e Li va gaye yo lòtbò Rivyè Euphrate la, akoz yo te fè Asherim pa yo, ki te pwovoke SENYÈ a a lakòlè.
1KI 14:16 Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”
1KI 14:17 Alò, madanm a Jéroboam te leve ale e te rive Thirtsa. Pandan li t ap pase nan chanbrann pòt la, pitit la te mouri.
1KI 14:18 Tout Israël te antere li e te kriye pou li, selon pawòl SENYÈ a te pale pa sèvitè li, Achija, pwofèt la.
1KI 14:19 Alò, tout lòt zèv a Jéroboam yo, jan li te fè lagè ak jan li te renye, men vwala, yo ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo.
1KI 14:20 Tan ke Jéroboam te renye a te venn-dezan. Konsa, li te dòmi avèk zansèt li yo, e Nadab, fis li a te renye nan plas li a.
1KI 14:21 Alò, Roboam fis a Salomon an te renye Juda. Roboam te gen trante-yen ane daj lè li te vin wa, e li te renye di-sèt ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li a. Epi manman li te Naama, yon fi Amonit.
1KI 14:22 Juda te fè mal nan zye a SENYÈ a e yo te pwovoke Li a jalouzi plis pase tout zansèt pa yo te fè, avèk peche ke yo te fè yo.
1KI 14:23 Paske yo tou te bati pou yo menm wo plas yo, pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt.
1KI 14:24 Te gen osi gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo.
1KI 14:25 Alò, li te fèt nan senkyèm ane a Wa Roboam, Schischak, wa Égypte la te vin monte kont Jérusalem.
1KI 14:26 Li te pran trezò lakay SENYÈ a avèk trezò lakay wa a. Li te pran tout bagay yo, menm tout boukliye an lò ke Salomon te fè yo.
1KI 14:27 Pou sa, Wa Roboam te fè boukliye an bwonz nan plas yo e te fè kòmandan a gad ki te veye pòtay kay la wa a responsab sou yo.
1KI 14:28 Epi li te vin rive ke nenpòt lè wa a te antre lakay SENYÈ a, ke gad yo ta pote mennen yo retounen nan chanm gad yo.
1KI 14:29 Alò, tout lòt zèv a Roboam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan liv a Kwonik a Wa Juda yo?
1KI 14:30 Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam tout tan.
1KI 14:31 Epi Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David. Non manman li se te Naama, fi Amonit lan. Abijam, fis li a, te vin wa nan plas li.
1KI 15:1 Alò, nan di-zuityèm ane a Wa Jéroboam, fis Nebat la, Abijam te vin wa sou Juda.
1KI 15:2 Li te renye pandan twazan nan Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fis a Abisalom an.
1KI 15:3 Li te mache nan tout peche a papa li te fè devan li yo. Kè li pa t dedye nèt a SENYÈ a, Bondye li a, tankou kè a papa zansèt li a, David.
1KI 15:4 Men pou koz David, SENYÈ a, Bondye li a, te ba li yon lanp nan Jérusalem, pou fè leve monte fis li apre li, e pou etabli Jérusalem.
1KI 15:5 Li te fè sa paske David te fè sa ki te dwat nan zye a SENYÈ a, e li pa t vire akote de nenpòt sa ke Li te kòmande li pandan tout jou lavi li, sof ke ka a Urie a, Etyen an.
1KI 15:6 Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam pandan tout vi li.
1KI 15:7 Alò, tout lòt zèv a Abijam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Anplis, te gen lagè antre Abijam avèk Jéroboam.
1KI 15:8 Epi Abijam te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David. Asa, fis li a te devni wa nan plas li.
1KI 15:9 Konsa, nan ventyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Asa te kòmanse renye kòm wa nan Juda.
1KI 15:10 Li te renye pandan karanteyen ane Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fi a Abisalom an.
1KI 15:11 Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a.
1KI 15:12 Anplis, li te retire mal pwostitiye nan peyi a e li te retire tout zidòl ke zansèt li yo te fè yo.
1KI 15:13 Anplis, li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te brile li nan flèv Cédron an.
1KI 15:14 Men wo plas yo pa t retire. Malgre sa, kè Asa te dedye nèt a SENYÈ a pandan tout jou li yo.
1KI 15:15 Li te fè antre nan kay SENYÈ a tout afè dedye pa papa li avèk tout afè dedye pa li menm; zouti fèt an ajan avèk lò.
1KI 15:16 Alò te gen lagè antre Asa avèk Baescha, wa Israël la pandan tout jou pa yo.
1KI 15:17 Baescha, wa Israël la, te monte kont Juda e te ranfòse Rama pou anpeche moun antre, oswa sòti kote Asa, wa Juda a.
1KI 15:18 Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di:
1KI 15:19 “Kite yon akò fèt antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa ou avèk papa m. Gade byen, mwen voye ba ou yon kado ajan avèk lò. Ale kraze akò ou avèk Baescha, wa Israël la, pou li retire lame li a sou mwen.”
1KI 15:20 Konsa, Ben-Hadad te koute Wa Asa e te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, li te bat yo e pran Ijjon, Dan, Abel-Beth-Maaca, tout Kinneroth la ak tout tèritwa Nephtali a.
1KI 15:21 Lè Baescha fin tande koze sa a, li te sispann ranfòse Rama e li te vin rete Thirtsa.
1KI 15:22 Epi Wa Asa te fè yon pwoklamasyon a tout Juda——nanpwen pèsòn ki te eksepte——-epi yo tout te pote ale tout wòch nan Rama yo avèk bwa ke Baescha te sèvi pou bati yo. Wa Asa te bati avèk yo, Guéba nan Benjamin ak Mitspa.
1KI 15:23 Alò, tout lòt zèv Asa yo avèk tout pwisans li, tout sa li te fè ak vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Men nan tan vyeyès li, li te aflije avèk maladi nan pye li.
1KI 15:24 Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David la, papa li. Epi Josaphat te renye nan plas li.
1KI 15:25 Alò, Nadab, fis a Jéroboam nan, te vin wa sou Israël nan dezyèm ane Asa a, wa Juda a e li te renye sou Israël pandan dezan.
1KI 15:26 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen papa li ak nan peche avèk sila li te fè Israël peche a.
1KI 15:27 Alò, Baescha, fis Achija a, a lakay Issacar a, te fè konplo kont Nadab, e Baescha te frape l fè l mouri nan Guibbethon, ki te apatyen a Filisten yo, pandan Nadab avèk tout Israël t ap fè syèj nan Guibbethon.
1KI 15:28 Konsa, Baescha te touye li nan twazyèm ane Asa a, wa Juda a e li te vin renye nan plas li.
1KI 15:29 Li te vin rive ke depi li te wa a, li te frape tout lakay Jéroboam. Li pa t kite a Jéroboam okenn moun vivan, jiskaske li te detwi yo nèt, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li a, Achija, Siloyit la.
1KI 15:30 Akoz peche ke Jéroboam te fè yo e avèk sila, li te fè Israël peche yo, akoz pwovokasyon li avèk sila li te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè.
1KI 15:31 Alò, lòt zèv a Nadab yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
1KI 15:32 Te gen lagè antre Asa avèk Baescha, fis a Achija a pandan tout jou pa yo.
1KI 15:33 Nan twazyèm ane Asa a, wa a Juda a, Baescha, fis a Achija a, te devni wa sou tout Israël nan Thirtsa e li te renye venn-kat ane.
1KI 15:34 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen Jéroboam ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo.
1KI 16:1 Alò, pawòl SENYÈ a te vini aJéhu, fis a Hanani a kont Baescha, e te di:
1KI 16:2 “Mwen te egzalte ou, Baescha, soti nan pousyè e Mwen te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël. E ou te mache nan chemen Jéroboam pou te fè pèp Mwen an, Israël peche e te pwovoke M a lakòlè avèk peche pa yo.
1KI 16:3 Veye byen, Mwen va manje Baescha nèt avèk lakay li e Mwen va fè lakay ou tankou lakay Jéroboam, fis a Nebat la.
1KI 16:4 Nenpòt moun nan Baescha ki mouri nan vil la, li va manje pa chen e nenpòt moun nan sila ki mouri nan chan, zwazo syèl yo va manje l.”
1KI 16:5 Alò, lòt zèv a Baescha, sa li te fè ak pwisans li, èske yo pa t ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
1KI 16:6 Epi Baescha te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Thirtsa. Epi Éla, fis li a, te vin wa nan plas li.
1KI 16:7 Anplis, pawòl SENYÈ a, pa pwofèt la, Jéhu, fis a Hanani an, osi te vini kont Baescha avèk lakay li, akoz tout mal li te fè nan zye SENYÈ a, lè l te pwovoke Li a lakòlè avèk zèv a men li yo, lè li te vin tankou lakay Jéroboam e osi akoz li te frape li.
1KI 16:8 Nan venn-sizyèm ane Asa a, wa a Juda a, Éla, fis a Baescha a, te vin wa sou Israël nan Thirtsa e li te renye pandan dezan.
1KI 16:9 Sèvitè li, Zimri, chèf a mwatye cha li yo, te fè konplo kont li. Alò, li te lakay Thirtsa, e li t ap bwè jiskaske li te vin sou lakay Artsa, ki te chèf sou tout kay Thirtsa a.
1KI 16:10 Alò, Zimri te antre frape li e te mete l a lanmò nan venn-setyèm ane Asa a, wa a Juda a e li te devni wa nan plas li.
1KI 16:11 Li te vin rive ke lè li te devni wa a, depi li te chita sou twòn nan, ke li te touye tout manm lakay Baescha yo. Li pa t kite menm yon gason, ni pami fanmi, ni nan zanmi li yo.
1KI 16:12 Konsa, Zimri te detwi tout lakay Baescha, selon pawòl ke SENYÈ a te pale kont Baescha pa Jéhu, pwofèt la,
1KI 16:13 pou tout peche a Baescha yo ak peche a Éla, fis li a, peche ke yo te fè e avèk sila yo te fè Israël peche yo, e ki te pwovoke Li a lakòlè avèk zidòl pa yo.
1KI 16:14 Alò, tout lòt zèv a Éla yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
1KI 16:15 Nan venn-setyèm ane Asa a, wa Juda a, Zimri, te renye pandan sèt jou nan Thirtsa. Alò, pèp la te fè kan kont Guibbethon, ki te pou Filisten yo.
1KI 16:16 Moun ki te nan kan yo te tande li e te di: “Zimri te fè konplo pou vin frape wa a.” Pou sa, tout Israël te fè Omri chèf lame a wa a sou Israël menm jou sa a nan kan an.
1KI 16:17 Alò, Omri ak tout Israël avèk li te monte soti nan Guibbethon pou te fè syèj kont Thirtsa.
1KI 16:18 Lè Zimri te wè vil la te tonbe, li te monte nan sitadèl lakay wa a. Li te brile lakay wa a sou pwòp tèt li avèk dife, e li te mouri.
1KI 16:19 Sa te fèt akoz peche ke li te fè yo, ak mal li te fè nan zye SENYÈ a, li te mache nan chemen Jéroboam. Nan peche li te fè yo, li te fè Israël peche.
1KI 16:20 Alò lòt zèv a Zimri yo avèk konplo li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
1KI 16:21 Alò, pèp Israël yo te divize an de pati: mwatye te swiv Thibni, fis a Guinath la pou fè l devni wa; mwatye te swiv Omri.
1KI 16:22 Men moun ki te swiv Omri yo te vin genyen sou moun ki te swiv Thibni yo, fis a Guinath la. Epi Thibni te mouri e Omri te vin wa a.
1KI 16:23 Nan tranteyen ane Asa a, wa Juda a, Omri te devni wa sou Israël e li te renye pandan douz ane. Li te renye pandan sizan nan Thirtsa.
1KI 16:24 Li te achte ti mòn Samarie a nan men Schémer pou de talan ajan; epi li te bati sou ti mòn nan e li te rele vil ke li te bati a Samarie menm non a Schémer, mèt a ti mòn nan.
1KI 16:25 Omri te fè mal nan zye SENYÈ a e li te aji avèk plis mechanste pase tout moun ki te avan l yo.
1KI 16:26 Paske li te mache nan tout chemen a Jéroboam yo, fis a Nebat la ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo, e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, avèk zidòl pa yo.
1KI 16:27 Alò, tout lòt zèv ke Omri te fè yo ak pwisans ke li te montre yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
1KI 16:28 Konsa, Omri te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere Samarie; epi Achab, fis li a, te devni wa nan plas li.
1KI 16:29 Alò, Achab, fis a Omri a te devni wa sou Israël pandan trann-tuit ane Asa yo, wa Juda a, e Achab, fis a Omri a te renye sou Israël nan Samarie pandan venn-dezan.
1KI 16:30 Achab, fis Omri a te fè mal nan zye a SENYÈ a plis pase tout moun ki te avan li yo.
1KI 16:31 Li te vin rive ke kòmsi li te yon ti bagay pou li te mache nan peche a Jéroboam yo, fis a Nebat la, ke li te marye ak Jézabel, fi a Ethbaal la, wa a Sidonyen yo, li te ale sèvi Baal e te adore li.
1KI 16:32 Konsa, li te fè monte yon lotèl pou Baal nan kay Baal ke li te bati Samarie a.
1KI 16:33 Achab osi te fè Astarté. Konsa, Achab te fè plis pou pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, pase tout wa a Israël ki te avan li yo.
1KI 16:34 Nan jou pa li yo, Hiel, moun Béthel la te bati Jéricho. Li te poze fondasyon li yo avèk pèt Abiram, premye ne li a e li te monte pòtay li yo avèk pèt a pi piti fis li a, Segub, selon pawòl SENYÈ a te pale pa Josué, fis a Nun nan.
1KI 17:1 Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”
1KI 17:2 Pawòl SENYÈ a te vini a li e te di:
1KI 17:3 “Kite andwa sila a, vire vè lès e kache akote flèv Kerith ki nan lès a Jourdain an.
1KI 17:4 Li va fèt ke ou va bwè nan flèv la e mwen te kòmande zwazo kòbo pou ba ou pwovizyon.”
1KI 17:5 Konsa, li te ale e te fè selon pawòl SENYÈ a; paske li te ale viv akote flèv Kerith la, ki te vè lès a Jourdain an.
1KI 17:6 Kòbo yo te mennen ba li pen avèk vyann, e nan aswè li ta bwè nan flèv la.
1KI 17:7 Li te vin rive apre yon tan ke flèv la te vin sèch, akoz pa t gen lapli nan peyi a.
1KI 17:8 Konsa, pawòl SENYÈ a te vini a li e te di:
1KI 17:9 “Leve ale Sarepta, ki pou Sidon e rete la. Gade byen, Mwen te kòmande yon vèv ki la pou okipe ou.”
1KI 17:10 Konsa, li te leve ale Sarepta e lè li te rive nan pòtay vil la, vwala, yon vèv te la e t ap ranmase bwa. Li te rele li e te di: “Souple, chèche yon ti dlo nan yon veso, pou m kab bwè.”
1KI 17:11 Pandan li t ap pral chèche l, li te rele kote li e te di: “Souple, pote ban m yon ti pen nan men ou.”
1KI 17:12 Men li te di: “Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, devan sila mwen kanpe a, mwen pa gen pen, sèlman yon men farin nan bòl la avèk yon ti kras lwil nan bokal la. Gade byen, mwen ap ranmase kèk mòso bwa pou m kab antre prepare pou mwen avèk fis mwen an, pou nou kab manje l e mouri.”
1KI 17:13 Élie te di li: “Pa pè. Ale. Fè jan ou te di a, men fè pou mwen yon ti gato pen avè l avan, e pote l deyò ban mwen. Apre, w ap kapab fè pou ou menm ak pou gason ou an.
1KI 17:14 Paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Bòl farin nan p ap vid, ni boutèy lwil la p ap vid, jis jou ke SENYÈ a voye lapli sou fas tè a.’”
1KI 17:15 Konsa, li te ale, e te fè selon pawòl Élie yo, e li menm avèk gason an avèk Élie te manje pandan anpil jou.
1KI 17:16 Bòl farin nan pa t fini, ni boutèy lwil la pa t vid, jan pawòl SENYÈ a te pale pa Élie a.
1KI 17:17 Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke gason a fanm nan, mètrès kay la, te vin malad. Epi maladi li a te tèlman rèd ke li pa t gen souf ki rete nan li.
1KI 17:18 Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”
1KI 17:19 Li te di a fanm nan: “Ban mwen gason ou an.” Epi li te retire li sou lestonmak li e te pote li monte nan chanm anlè kote li te rete a e li te kouche li sou pwòp kabann pa li.
1KI 17:20 Li te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, èske Ou osi te mennen gwo dezas sou vèv la kote mwen rete a e fè pitit li a mouri?”
1KI 17:21 Alò, li te lonje kò li sou pitit la twa fwa e li te rele SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen priye Ou, kite lavi pitit sa a retounen nan li.”
1KI 17:22 SENYÈ a te tande vwa Élie, lavi pitit la te retounen nan li e li te vin refè.
1KI 17:23 Élie te pran pitit la, li te mennen li desann soti chanm anlè a, li te antre nan kay la e li bay li a manman li, epi Élie te di: “Ou wè, gason ou an vivan.”
1KI 17:24 Konsa, fanm nan te di a Élie: “Koulye a, mwen konnen ke ou se yon nonm Bondye, e ke pawòl SENYÈ a nan bouch ou se verite.”
1KI 18:1 Alò, li te rive apre anpil jou ke pawòl SENYÈ a te vini a Élie nan twazyèm ane a. Li te di: “Ale, montre ou menm a Achab e Mwen va voye lapli sou fas tè a.”
1KI 18:2 Konsa, Élie te ale montre li menm a Achab. Alò, gwo grangou a te byen rèd nan Samarie.
1KI 18:3 Achab te rele Abdias ki te chèf sou lakay li. (Alò, Abdias te gen lakrent SENYÈ a anpil;
1KI 18:4 paske lè Jézabel te detwi pwofèt SENYÈ yo, Abdias te pran yon santèn nan pwofèt yo, li te kache yo pa senkant nan yon kav e li te founi yo avèk pen avèk dlo.)
1KI 18:5 Alò, Achab te di Abdias: “Pase nan peyi kote tout sous dlo yo. Petèt nou va twouve zèb pou kenbe chwal avèk milèt yo vivan e pou nou pa oblije touye nan bèt yo.”
1KI 18:6 Pou sa, yo te divize peyi a antre yo pou yo fè rechèch li. Achab te pran yon chemen e Abdias te pran yon lòt pou kont li.
1KI 18:7 Alò, pandan Abdias te nan wout la, vwala, Élie te rankontre li. Abdias te rekonèt li e te tonbe sou figi li. Li te di: “Èske se ou menm, Élie, mèt mwen an?”
1KI 18:8 Li te di li: “Se mwen. Ale, pale a mèt ou a, ‘Men vwala, Élie isit.’”
1KI 18:9 Li te di: “Ki peche mwen te fè ke ou ta vin mete sèvitè ou nan men Achab pou l mete m a lanmò?
1KI 18:10 Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, nanpwen nasyon oswa wayòm kote mèt mwen pa t voye chache ou. Lè yo te di: ‘Li pa la’, li te fè wayòm nan oswa nasyon an sèmante ke yo pa t kab jwenn ou.
1KI 18:11 Epi koulye a w ap di: ‘Ale di mèt ou “Men vwala, Élie!”’
1KI 18:12 Li va vin rive ke lè m kite ou, Lespri SENYÈ a va pote ou kote m pa konnen. Konsa, lè m vini pale Achab, lè l pa kab jwenn ou, li va touye mwen, malgre mwen, sèvitè ou a, te gen lakrent SENYÈ a depi nan jenès mwen.
1KI 18:13 Èske sa pa t pale a mèt mwen sa m te fè lè Jézabel te touye pwofèt SENYÈ yo, ke m te kache yon santèn nan pwofèt SENYÈ a pa senkantèn nan yon kav e mwen te founi yo avèk pen avèk dlo?
1KI 18:14 Epi koulye a, w ap di mwen: ‘Ale pale a mèt ou: “Men Élie!” Epi se konsa l ap touye mwen.’
1KI 18:15 Élie te di: “Jan SENYÈ dèzame yo viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite, mwen va montre mwen menm a li menm jodi a.”
1KI 18:16 Konsa, Abdias te ale rankontre Achab e te pale li, epi Achab te ale rankontre Élie.
1KI 18:17 Lè Achab te wè Élie, Achab te di li: “Èske se ou menm, sila ki twouble Israël la?”
1KI 18:18 Li te di: “Mwen pa t twouble Israël, men ou menm avèk lakay papa ou, akoz ou te abandone lòd SENYÈ yo pou ou te swiv Baal yo.
1KI 18:19 Alò, pou sa, voye ranmase vè mwen tout Israël nan Mòn Carmel avèk kat-san-senkant pwofèt Baal ak kat-san pwofèt Astarté ki manje sou tab Jézabel la.”
1KI 18:20 Konsa, Achab te voye pami tout fis Israël yo e te mennen pwofèt yo ansanm nan Mont Carmel.
1KI 18:21 Élie te pwoche tout pèp la e te di: “Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.” Men moun yo pa t reponn menm yon mo.
1KI 18:22 Konsa, Élie te di a pèp la: “Se mwen sèl ki rete kòm pwofèt SENYÈ a, men pwofèt a Baal yo se kat-san-senkant òm.
1KI 18:23 Alò, kite yo bannou de bèf, e kite yo chwazi yon bèf pou yo menm, koupe li an mòso e mete li sou bwa a, men san pa mete dife; epi mwen va prepare lòt bèf la e kouche li sou bwa e mwen p ap mete dife.
1KI 18:24 Alò, ou va rele non a dye pa nou an e mwen va rele non SENYÈ a, e Dye ki reponn pa dife a, se Li menm ki Bondye a.” Epi tout moun yo te reponn: “Lide sa a bon.”
1KI 18:25 Konsa, Élie te di a pwofèt a Baal yo: “Chwazi yon bèf pou nou menm e prepare li, paske nou anpil e rele non a dye pa nou an, men pa mete dife.”
1KI 18:26 Konsa, yo te pran bèf ki te bay a yo menm nan, yo te prepare li e te rele non Baal la soti nan maten jis rive midi e yo t ap di: “O Baal, reponn nou.” Men pa t gen vwa e okenn moun pa t reponn. Epi yo te toutotou lotèl ke yo te fè a.
1KI 18:27 Li te vin rive vè midi ke Élie te moke yo. Li te di: “Rele avèk vwa fò, paske li se yon dye! Oswa petèt li okipe, ke li okipe! Oswa li te vire akote, oswa li fè yon vwayaj, o petèt li dòmi e ou bezwen fè l leve.”
1KI 18:28 Konsa, yo te kriye avèk gwo vwa. Yo te koupe kò yo selon abitid pa yo avèk nepe ak frenn jis san te fè flèv sou yo.
1KI 18:29 Lè midi te fin pase, yo te anraje jis rive nan moman pou ofri sakrifis aswè yo, men pa t gen vwa, okenn pa t reponn, ni okenn pa t okipe yo.
1KI 18:30 Alò, Élie te di a tout pèp la: “Vin kote mwen.” Konsa, tout pèp la te vin kote li. Konsa, li te repare lotèl SENYÈ a ki te dechire a.
1KI 18:31 Élie te pran douz wòch selon non tribi a fis a Jacob yo, a sila pawòl SENYÈ a te parèt yo, e te di: “Israël va non ou.”
1KI 18:32 Konsa, avèk wòch yo, li te bati yon lotèl nan non SENYÈ a e li te fè yon kanal antoure lotèl la ase laj pou kenbe de mezi semans.
1KI 18:33 Apre, li te ranje bwa a, li te koupe bèf la an mòso e li te poze li sou bwa a.
1KI 18:34 Epi li te di: “Ranpli kat po avèk dlo e vide li sou ofrann brile yo ak sou bwa a.” Epi li te di: “Fè l yon dezyèm fwa,” epi yo te fè l yon dezyèm fwa. Epi li te di: “Fè l yon twazyèm fwa,” epi yo te fè l yon twazyèm fwa.
1KI 18:35 Dlo a te kouri antoure lotèl la e li te plen kanal la osi.
1KI 18:36 Nan tan ofrann sakrifis aswè a, Élie, pwofèt la, te pwoche e te di: “O SENYÈ, Bondye Abraham, Isaac avèk Israël la, jodi a, kite li byen rekonèt ke Ou se Bondye an Israël, ke mwen se sèvitè Ou, e ke mwen te fè tout bagay sa yo pa pawòl Ou menm.
1KI 18:37 Reponn mwen, O SENYÈ, reponn mwen, pou pèp sa a kapab konnen ke Ou menm, O SENYÈ, se Bondye e ke Ou fè kè yo vire retounen kote Ou ankò.”
1KI 18:38 Konsa, dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la.
1KI 18:39 Lè tout pèp la te wè sa, yo te tonbe sou figi yo, epi yo te di: “SENYÈ a, se Li menm Ki Bondye a! SENYÈ a, se Li menm ki Bondye a!”
1KI 18:40 Epi Élie te di yo: “Sezi pwofèt a Baal yo! Pa kite youn nan yo chape!” Yo te sezi yo, epi Élie te mennen yo desann nan flèv Kison an e te touye yo la.
1KI 18:41 Alò, Élie te di a Achab: “Ale monte, manje e bwè; paske gen gwo bwi lapli.”
1KI 18:42 Konsa, Achab te monte pou manje e bwè. Men Élie te monte sou tèt Mòn Carmel; epi li te koube jenou li, apiye atè avèk figi li antre jenou li.
1KI 18:43 Li te di a sèvitè li: “Ale monte koulye a, gade bò kote lanmè a.” Konsa, li te monte gade, e te di: “Nanpwen anyen” epi li te di: “Ale retounen” menm sèt fwa.”
1KI 18:44 Li te vin rive nan setyèm fwa a ke li te di: “Vwala, yon grenn nwaj piti tankou men a yon moun ap monte soti kote lanmè a.” Epi li te di: “Ale monte, pale Achab pou di l: ‘fè cha ou a parèt e desann pou gwo lapli a pa rete ou.’”
1KI 18:45 Nan yon ti tan, syèl la te vin fènwa avèk nwaj ak van e te gen yon lapli fò. Epi Achab te monte pou te ale kote Jizréel.
1KI 18:46 Alò, men SENYÈ a te sou Élie. Li te mare senti li e te kouri pi vit ke Achab pou rive nan lantre kote Jizréel.
1KI 19:1 Alò, Achab te di Jizréel tout sa ke Élie te fè ak jan li te touye tout pwofèt yo avèk nepe.
1KI 19:2 Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: “Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.”
1KI 19:3 Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la.
1KI 19:4 Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”
1KI 19:5 Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!”
1KI 19:6 Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò.
1KI 19:7 Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.”
1KI 19:8 Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Horeb, mòn Bondye a.
1KI 19:9 Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”
1KI 19:10 Li te di: “Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”
1KI 19:11 Pou sa, Li te di: “Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.” Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a.
1KI 19:12 Apre van an yon dife, men SENYÈ a pa t nan dife a. Epi apre dife a, yon ti bwi tankou yon souf lejè.
1KI 19:13 Lè Élie te tande l, li te fin vlope figi li nan manto li a e li te ale deyò nan antre kav la. Epi vwala, yon vwa te parèt a li menm e te di: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”
1KI 19:14 Epi li te di: “Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, paske fis Israël yo te abandone akò Ou a, dechire lotèl Ou yo e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete; epi y ap chache lavi mwen pou pran l.”
1KI 19:15 SENYÈ a te di li: “Ale, retounen sou chemen ou vè dezè Damas la, e lè ou fin rive, ou va onksyone Hazaël wa sou Syrie;
1KI 19:16 epi Jéhu, fis Nimschi a, ou va onksyone wa sou Israël; epi Élisée, fis a Schaphath la nan Abel-Mehola a, ou va onksyone li kòm pwofèt nan plas ou.
1KI 19:17 Li va vin rive ke sila ki chape anba nepe Hazaël la, Jéhu va mete l a lanmò e sila ki chape anba nepe a Jéhu a, Élisée va mete l a lanmò.
1KI 19:18 Sepandan, Mwen va kite sèt-mil an Israël, tout jenou ki pa t bese a Baal e tout bouch ki pa t konn bo li.”
1KI 19:19 Konsa, li te kite la e te twouve Élisée, fis a Schaphath la, pandan li t ap raboure avèk douz pè bèf devan li, li menm avèk douzyèm nan. Epi Élie te pase bò kote li e te jete manto li sou li.
1KI 19:20 Li te kite bèf yo e te kouri dèyè Élie. Li te di: “Souple, kite m bo papa m avèk manman m e mwen va swiv ou.” Epi li te di li: “Ale, retounen, paske kisa ke m te fè ou?”
1KI 19:21 Konsa, li te retounen soti swiv li, li te pran pè bèf la e li te fè sakrifis avèk yo, li te bouyi chè avèk dife fèt ak zouti bèf e li te bay a pèp la pou yo te manje. Epi li te leve, li te swiv Élie pou te sèvi li.
1KI 20:1 Alò, Ben-Hadad, wa Syrie a, te ranmase tout lame li a. Te gen trann-de wa avèk li, avèk cheval ak cha. Li te monte fè syèj sou Samarie e li te goumen kont li.
1KI 20:2 Li te voye mesaje yo lavil Achab, wa Israël la, e yo te di li: “Konsa pale Ben-Hadad;
1KI 20:3 ‘Ajan ou avèk lò ou se pou mwen. Pi bèl madanm ou yo avèk pitit yo se pa m tou.’”
1KI 20:4 Wa Israël la te reponn: “Se jan pawòl ou yo ye a, mèt mwen, O wa a. Mwen se pa w ak tout sa ke m genyen.”
1KI 20:5 Alò, mesaje yo te retounen. Yo te di: “Konsa pale Ben-Hadad: ‘Anverite, mwen te voye kote ou pou te di: “Ou va ban mwen ajan ou avèk lò ou avèk madanm ou ak pitit ou yo,
1KI 20:6 men vè lè sa a demen mwen va voye sèvitè mwen yo kote ou. Yo va chache fouye tout lakay ou avèk lakay sèvitè ou yo, epi nenpòt sa ki gen valè nan zye ou, y ap pran nan men yo pou pote ale.”’”
1KI 20:7 Epi wa Israël la te rele tout ansyen peyi a e te di: “Souple, gade byen jan mesye sila a ap chache pwoblèm. Li te voye kote mwen pou madanm mwen avèk pitit mwen yo ak ajan mwen avèk lò mwen, epi mwen pa t refize li.”
1KI 20:8 Tout ansyen yo avèk tout pèp la te di li: “Pa koute l ni vin dakò avè l.”
1KI 20:9 Konsa, li te di a mesaje Ben-Hadad yo: “Di mèt mwen an, wa a, ‘Tout sa ke ou te premye mande sèvitè ou a, m ap fè yo. Men sila ou mande koulye a, mwen p ap kab fè l.’” Mesaje yo te pati, epi te pòte bay li mesaj la.
1KI 20:10 Ben-Hadad te voye kote li e te di: “Ke dye yo ta fè m sa e menm plis, si pousyè Samarie rete kont pou ranpli men a moun ki swiv mwen yo.”
1KI 20:11 Epi wa Israël la te reponn li: “Pa kite sila k ap fenk abiye ak boukliye a vante tèt li tankou sila k ap retire l la.”
1KI 20:12 Lè Ben-Hadad te tande mesaj sila a, pandan li t ap bwè avèk wa yo nan tonèl pwovizwa pa yo, li te di a sèvitè li yo: “Pran plas nou”. Konsa, yo te pran plas yo kont vil la.
1KI 20:13 Alò, lapoula, yon pwofèt te pwoche Achab, wa Israël la, e te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Èske ou te wè tout gran kantite foul sila a? Veye byen, Mwen va livre yo nan men ou jodi a e ou va konnen ke se SENYÈ a Mwen ye.’”
1KI 20:14 Epi Achab te di: “Pa kilès?” Epi li te di: “Pa jennonm ki se chèf a pwovens yo.” Epi Achab te di: “Se kilès ki pou louvri batay la?” Epi li te reponn: “Ou menm”.
1KI 20:15 Alò, li te rasanble jennonm a chèf pwovens yo, te gen de-san-trann-de. Apre yo, li te rasanble tout pèp la; menm tout fis Israël yo, sèt-mil.
1KI 20:16 Yo te sòti a midi, pandan Ben-Hadad t ap bwè jiskaske li sou nan tonèl pwovizwa avèk trann-de wa ki te ede li yo.
1KI 20:17 Jennonm a chèf pwovens yo te sòti devan. Ben-Hadad te voye mesaje deyò, yo te pale li, e te di: “Moun yo gen tan parèt sòti Samarie.”
1KI 20:18 Alò, li te di: “Si yo sòti pou fè lapè, pran yo vivan; oswa si yo te sòti pou fè lagè, pran yo vivan.”
1KI 20:19 Men sa yo te sòti depi lavil la; jennonm a chèf pwovens yo ak lame ki te swiv yo.
1KI 20:20 Chak moun te touye yon nonm pou kont li; epi Siryen yo te sove ale e wa Israël la te kouri dèyè yo e Ben-Hadad, wa Syrie a, te chape sou yon cheval avèk chevalye yo.
1KI 20:21 Wa Israël la te parèt deyò, li te frape cheval yo avèk cha yo e te touye Siryen yo nan yon gwo masak.
1KI 20:22 Alò, pwofèt la te pwoche wa Israël la e te di li: “Ale, ranfòse ou menm e okipe pou wè sa ou gen pou fè; paske nan fen ane a, wa a Syrie a va vin monte kont ou.”
1KI 20:23 Alò, sèvitè a wa Syrie a te di li: “dye pa yo se dye mòn yo ye. Pou sa, yo te pi fò pase nou. Men pito ke nou fè lagè kont yo nan ba plèn nan e asireman, nou va vin pi fò pase yo.
1KI 20:24 Fè bagay sa a: retire chak wa sou plas yo e ranplase yo avèk kapitèn nan plas yo,
1KI 20:25 epi rasanble yon lame tankou lame ke ou te pèdi a, cheval pou cheval e cha pou cha. Nou va goumen kont yo nan plèn nan e asireman, nou va pi fò pase yo.” Epi li te koute vwa yo e te fè l konsa.
1KI 20:26 Nan fen ane a, Ben-Hadad te ranmase Siryen yo e te monte nan Aphek pou goumen kont Israël.
1KI 20:27 Fis Israël yo te deja rasanble avèk tout pwovizyon yo pou te ale rankontre yo. Yo te fè kan devan Siryen yo tankou de ti bann kabrit, men Siryen yo te ranpli peyi a.
1KI 20:28 Alò, yon nonm Bondye te vin toupre pou te pale a wa Israël la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz Siryen yo te di: “SENYÈ a se yon dye a mòn yo, men Li pa yon dye nan vale yo,” pou sa, mwen va bay tout vast kantite moun sa yo nan men ou e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
1KI 20:29 Konsa, yo te fè kan an, youn kont lòt, pandan sèt jou. Epi nan setyèm jou a, batay la te ouvri e fis Israël yo te touye nan Siryen yo san-mil sòlda apye nan yon sèl jou.
1KI 20:30 Men tout moun ki te rete yo te sove ale antre nan lavil Aphek e miray la te tonbe sou venn-sèt-mil òm ki te rete. Epi Ben-Hadad te sove ale pou te rive anndan vil la nan yon chanm enteryè.
1KI 20:31 Sèvitè li yo te di li: “Alò, gade byen, nou konn tande ke wa lakay Israël yo se wa ki gen mizerikòd. Souple, annou mete twal sak sou senti nou avèk kòd sou tèt nou pou ale parèt kote wa Israël la. Petèt, li va sove lavi nou.”
1KI 20:32 Konsa, yo te mare twal sak sou senti yo, avèk kòd sou tèt yo pou te vin kote wa Israël la e te di: “Sèvitè ou, Ben-Hadad voye di: ‘Souple, kite mwen viv.’” Epi li te di: “Èske li toujou vivan? Li se frè m.”
1KI 20:33 Alò mesye yo te pran sa kòm yon sign, yo te sezi sou pawòl la vit, e yo te di: “Frè ou, Ben-Hadad.” Epi li te di: “Ale, mennen li.” Alò, Ben-Hadad te vin deyò kote li e li te pran li monte nan cha a.
1KI 20:34 Ben-Hadad te di li: “Vil ke papa m te pran nan men papa ou yo, mwen va remèt yo e ou va fè ri yo pou ou menm nan Damas, tankou papa m te fè nan Samarie a.” Achab te di: “Epi mwen va kite ou ale avèk akò sila a.” Konsa, li te fè yon akò avèk li e te kite li ale.
1KI 20:35 Alò, yon sèten nonm pami fis a pwofèt yo te di a yon lòt mesye pa pawòl SENYÈ a: “Souple, frape mwen.” Men mesye a te refize frape li.
1KI 20:36 Epi li te di li: “Akoz ou pa t koute vwa SENYÈ a, tande byen, depi ou kite mwen, yon lyon va touye ou.” Epi depi li te kite li a, yon lyon te twouve li e te touye li.
1KI 20:37 Alò, li te twouve yon lòt mesye e te di: “Souple, frape mwen.” Epi mesye a te frape li e te blese li.
1KI 20:38 Konsa, pwofèt la te pati e te tann wa a akote chemen an e li te kache idantite li avèk yon bandaj ki te kouvri zye li.
1KI 20:39 Pandan wa a t ap pase, li te kriye a wa a e te di: “Sèvitè ou a te antre nan mitan batay la; epi tande byen, yon nonm te vire akote pou te mennen yon mesye kote mwen e li te di: ‘Veye nonm sa a; si pou nenpòt rezon li vin disparèt, alò lavi ou va peye pou lavi pa li, oswa ou va peye yon talan ajan.’
1KI 20:40 Pandan sèvitè ou a te okipe pa isit e pa la, li te vin disparèt.” Epi wa Israël la te di li: “Se konsa jijman ou ap ye; se ou menm ki deside li.”
1KI 20:41 Epi byen vit li te retire bandaj sou zye li e wa Israël la te vin rekonèt li kòm youn nan pwofèt yo.
1KI 20:42 Li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te kite sòti nan men ou nonm ke mwen te dedye a destriksyon an; pou sa, lavi ou va ale pou lavi pa li e pèp ou a pou pèp pa li a.’”
1KI 20:43 Konsa, wa Israël la te ale lakay li pa kontan e byen vekse pou te rive Samarie.
1KI 21:1 Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke Naboth, Jizreyelit la te gen yon chan rezen ki te nan Jizréel akote palè Achab, wa Samarie a.
1KI 21:2 Achab te pale a Naboth e te di: “Ban mwen chan rezen ou an, pou m ka genyen li kòm yon jaden legim, paske li toupre lakay mwen e mwen va ba ou yon pi bon chan rezen pase l pou ranplase li. Si ou pito, mwen va ba ou pri li an lajan.”
1KI 21:3 Men Naboth te di a Achab: “Ke SENYÈ a ta anpeche m ba ou eritaj zansèt mwen yo.”
1KI 21:4 Konsa, Achab te rive lakay li pa kontan e byen vekse akoz pawòl ke Naboth, Jizreyelit la, te pale a li a, paske li te di: “Mwen p ap bay ou eritaj zansèt mwen yo.” Li te kouche sou kabann li, te vire figi li akote e li pa t manje manje.
1KI 21:5 Men Jézabel, madanm li, te vin kote li e te di li: “Kijan lespri ou tèlman ba ke ou pa manje manje a?”
1KI 21:6 Konsa, li te di li: “Akoz mwen te pale Naboth, Jizreyelit la, e mwen te di li: ‘Ban mwen chan rezen ou an pou lajan; oswa, si li fè ou kontan, mwen va ba ou yon chan rezen pou ranplase li.’ Men li te di: ‘Mwen p ap ba ou chan rezen mwen an.’”
1KI 21:7 Jézabel, madanm li te di li: “Èske koulye a se ou ki renye sou Israël? Leve, manje pen e kite kè ou kontan. Mwen va ba ou chan rezen a Naboth, Jizreyelit la.”
1KI 21:8 Konsa, li te ekri lèt nan non Achab e te sele yo avèk so pa li pou te voye yo bay ansyen yo avèk prens ki te rete avèk Naboth nan vil pa li a.
1KI 21:9 Alò, nan lèt sa yo li te ekri e te di: “Pwoklame yon jèn e fè Naboth chita sou tèt a pèp la.
1KI 21:10 Fè chita dèzòm sanzave devan li pou fè temwayaj kont li pou di: ‘Ou te modi Bondye avèk wa a.’ Konsa, pran li deyò e lapide li jiskaske li mouri.”
1KI 21:11 Konsa, mesye lavil li yo, ansyen avèk prens ki te rete la yo, te fè jan Jézabel te voye di yo a, jis jan ke li te ekri nan lèt ke li te voye yo.
1KI 21:12 Yo te pwoklame yon jèn e te fè Naboth chita sou tèt a pèp la.
1KI 21:13 Epi dèzòm sanzave te antre ladann e te chita devan li. Epi de mesye sanzave yo te fè temwayaj kont li, menm kont Naboth, devan pèp la, e yo te di: “Naboth te modi Bondye avèk wa a.” Konsa, yo te pran l mennen deyò lavil la e yo te lapide l jiska lanmò avèk kout wòch.
1KI 21:14 Epi yo te voye kote Jézabel e te di: “Naboth te lapide e fin mouri.”
1KI 21:15 Lè Jézabel te tande ke Naboth te lapide e te mouri, Jézabel te di a Achab: “Leve, pran posesyon a chan rezen Naboth la, Jizreyelit la, ke li te refize ba ou pou lajan an; paske Naboth pa vivan, men li mouri.”
1KI 21:16 Lè Achab te tande ke Naboth te mouri, Achab te leve desann kote chan rezen a Naboth la, Jizreyelit la, pou l te pran posesyon li.
1KI 21:17 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Élie, Tichbit la, e te di:
1KI 21:18 “Leve, ale desann rankontre Achab, wa Israël la, ki Samarie. Gade byen, li nan chan rezen Naboth kote li te desann pou pran posesyon li.
1KI 21:19 Ou va pale li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: Èske ou te touye e anplis pran posesyon?’” Epi ou va pale avèk li pou di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Nan plas kote chen yo te niche san Naboth la, chen yo va niche san pa ou menm.’”
1KI 21:20 Achab te di a Élie: “Èske ou vin jwenn mwen, O lènmi mwen?” Epi li te reponn: “Mwen te jwenn ou akoz ou te vann tèt ou pou fè mechanste nan zye SENYÈ a.
1KI 21:21 Gade byen, Mwen va mennen mal sou ou, Mwen va bale fè ou disparèt e Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib nan tout Israël.
1KI 21:22 Mwen va fè lakay ou tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la ak tankou lakay Baescha, fis Achija a, akoz pwovokasyon avèk sila li te pwovoke M a lakòlè a, e akoz ou te fè Israël peche.”
1KI 21:23 De Jézabel osi SENYÈ a te pale, e te di: “Chen yo va manje Jézabel nan distri Jizréel la.
1KI 21:24 Sila ki apatyen a Achab, ki mouri nan vil la, chen va manje yo e sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje yo.”
1KI 21:25 Anverite, pa t gen moun tankou Achab ki te vann tèt li pou fè mal devan SENYÈ a, akoz madanm li, Jézabel te chofe li.
1KI 21:26 Li te aji byen abominab nan swiv zidòl li yo, selon tout sa ke Amoreyen yo te fè, ke SENYÈ a te mete deyò devan fis Israël yo.
1KI 21:27 Li te vin rive ke lè Achab te tande pawòl sa yo, li te chire rad li e li te mete twal sak sou li pou te fè jèn. Li te kouche nan twal sak e li te vin mache avèk chagren nèt.
1KI 21:28 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Élie, Tichbit la, e te di:
1KI 21:29 “Èske ou wè kijan Achab te vin imilye li devan Mwen? Akoz li te imilye li devan mwen, Mwen p ap mennen mal la nan jou li yo; men Mwen va mennen mal la sou lakay li nan jou a fis li yo.”
1KI 22:1 Twazan te pase san gen lagè antre Syrie avèk Israël.
1KI 22:2 Nan twazyèm ane Josaphat a, wa Juda a te desann kote wa Israël la.
1KI 22:3 Alò, wa Israël la te di a sèvitè li yo: “Èske nou konnen ke Ramoth-Galaad apatyen a nou menm e jiska prezan, nou p ap fè anyen pou rache li nan men wa Syrie a.”
1KI 22:4 Epi li te di a Josaphat: “Èske ou va ale avèk mwen nan batay a Ramoth-Galaad la?” Josaphat te di a wa Israël la: “Mwen tankou ou menm, pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.”
1KI 22:5 Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè demann premyèman selon pawòl SENYÈ a.”
1KI 22:6 Alò wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: “Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” Yo te di: “Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a.”
1KI 22:7 Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a ki la pou nou kab mande li?”
1KI 22:8 Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.”
1KI 22:9 Wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Mennen byen vit Michée, fis a Jimla a.”
1KI 22:10 Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita chak sou pwòp twòn pa yo, abiye an wòb pa yo nan pòtay pou antre Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo.
1KI 22:11 Alò Sédécias, fis a Kenaana a te fè kòn yo an fè pou kont li, e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Avèk sila yo, ou va frape Siryen yo jiskaske yo fin detwi.’”
1KI 22:12 Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa e t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e byen reyisi; paske SENYÈ a va mete li nan men wa a.”
1KI 22:13 Mesaje a ki te ale rele Michée te pale li. Li te di: “Koulye a, gade byen, tout pawòl a pwofèt yo favorab anvè wa a. Souple, kite pawòl ou yo fèt tankou pawòl a youn nan yo, e pale avèk favè.”
1KI 22:14 Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke SENYÈ a pale mwen an, se sa mwen va pale.”
1KI 22:15 Lè li te vin kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe ale Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske nou dwe fè bak?” Konsa, li te reponn li: “Ale monte e byen reyisi e SENYÈ a va bay li nan men wa a.”
1KI 22:16 Alò, wa a te di li: “Konbyen de tan èske mwen oblije di ou pou pa pale anyen avè m sof ke laverite nan non SENYÈ a?”
1KI 22:17 Pou sa, li te di: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo, tankou mouton ki san bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”
1KI 22:18 Epi wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t ap fè bon pwofesi pou mwen, men pito move?”
1KI 22:19 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li.
1KI 22:20 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab pou ale monte e tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sesi e youn te di sela.”
1KI 22:21 Alò, yon lespri te parèt devan SENYÈ a e te di: “Mwen va sedwi li.”
1KI 22:22 SENYÈ a te di li: “Kijan?” Epi li te reponn: “Mwen va sòti deyò pou devni yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt li yo.” Epi Li te di: “Ou gen non sèlman pou sedwi li, men pou vin genyen li nèt. Ale fè sa.”
1KI 22:23 “Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt pa ou yo; epi SENYÈ a te pwoklame dega nèt kont ou.”
1KI 22:24 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?”
1KI 22:25 Michée te di: “Gade byen, ou va wè sa nan jou lè ou antre nan yon chanm a lenteryè pou kache kò w.”
1KI 22:26 Alò, wa Israël la te di: “Pran Michée e retounen li vè majistra lavil la ak Joas, fis a wa a,
1KI 22:27 epi di li: ‘Konsa pale wa a: “Mete nonm sa a nan prizon a e bay li tikras pen ak dlo sèlman kòm manje jiskaske mwen retounen san mal pa rive m.”’”
1KI 22:28 Michée te di: “Si ou, anverite, retounen san ke mal pa rive, SENYÈ a pa t fè m pale.” Epi li te di: “Koute, tout pèp nou an!”
1KI 22:29 Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad.
1KI 22:30 Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen e antre nan batay la, men ou menm, mete vètman pa ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li e te antre nan batay la.
1KI 22:31 Alò, wa Syrie a te kòmande trann-de kapitèn a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men sèlman avèk wa Israël la.”
1KI 22:32 Konsa, lè kapitèn a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Anverite, sa se wa Israël la,” epi yo te vire akote pou goumen kont li e Josaphat te kriye fò.
1KI 22:33 Lè kapitèn a cha yo te wè ke li pa t wa Israël la, yo te rale bak e te sispann swiv li.
1KI 22:34 Alò, yon sèten nonm te rale banza li pa aza e te frape wa Israël la. Flèch la te antre nan yon kwen nan vètman pwotèj la. Konsa, li te di chofè cha li a: “Retounen fè bak e retire mwen nan batay la, paske mwen blese byen sevè.”
1KI 22:35 Batay la te boule rèd pandan jou sa a. Yo te soutni wa a pou l kanpe nan cha li devan Siryen yo, e nan aswè, li te mouri. San te soti nan blesi a pou l antre nan enteryè cha a.
1KI 22:36 Epi yon kri te sòti toupatou nan lame a nan lè solèy kouche a. Yo te di: “Chak moun rive nan vil li, e chak mesye nan pwòp peyi pa l.”
1KI 22:37 Konsa, wa a te mouri. Yo te mennen l Samarie, epi yo te antere wa a Samarie.
1KI 22:38 Yo te lave cha a akote sous dlo Samarie a, e chen yo te niche san li nan kote pwostitiye yo te konn benyen, selon pawòl SENYÈ a te pale a.
1KI 22:39 Alò, tout lòt zèv a Achab yo avèk tout sa ke li te fè ak kay ivwa ke li te konstwi a ak tout vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
1KI 22:40 Konsa, Achab te dòmi avèk zansèt pa li yo, e Achazia, fis li a, te devni wa nan plas li.
1KI 22:41 Alò Josaphat, fis Asa a, te devni wa sou Juda nan Katriyèm ane Achab, wa Israël la.
1KI 22:42 Josaphat te gen trann-senk ane lè li te devni wa, e li te renye pandan venn-senk ane Jérusalem. Epi non manman li se te Azuba, fi a Schilchi a.
1KI 22:43 Li te mache nan chemen Asa, papa li. Li pa t vire akote e li te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a. Sepandan, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo.
1KI 22:44 Josaphat osi te fè lapè avèk wa Israël la.
1KI 22:45 Alò, tout lòt zèv a Josaphat yo, avèk pwisans ke li te montre ak jan li te fè lagè, èske yo pa ekri nan liv Kwonik a Wa a Juda yo?
1KI 22:46 Retay a sadomit ki te rete nan jou papa li yo, Asa, li te fè ekzile yo sòti nan peyi a.
1KI 22:47 Alò, pa t gen wa nan Édom. Se yon depite ki te wa.
1KI 22:48 Josaphat te fè bato a Tarsis yo vwayaje a Ophir pou lò, men yo pa t rive, paske bato yo te kraze kote Etsjon-Guéber.
1KI 22:49 Alò, Achazia, fis Achab la, te di a Josaphat: “Kite sèvitè mwen yo ale avèk sèvitè ou yo nan bato yo.” Men Josaphat pa t dakò.
1KI 22:50 Konsa, Josaphat te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere avèk zansèt li yo nan vil a papa li a, David e Joram, fis li a, te renye nan plas li.
1KI 22:51 Achazia, fis a Achab la te devni wa nan plas li.
1KI 22:52 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen papa li, nan chemen manman l ak nan chemen Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a.
1KI 22:53 Konsa, li te sèvi Baal, li te adore li e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè, selon tout sa ke papa li te konn fè yo.
2KI 1:1 Lè Achab te fin mouri, Moab te fè rebelyon kont Israël.
2KI 1:2 Konsa, Achazia te tonbe sou treyi a soti nan chanm anwo ki te nan Samarie a e li te vin malad. Konsa, li te voye mesaje yo. Li te di yo: “Ale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an si m ap geri de maladi sa a.”
2KI 1:3 Men zanj SENYÈ a te di a Élie, Tichbit la: “Leve, ale monte pou rankontre mesaje a wa Samarie yo. Di yo: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke ou prale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an?’
2KI 1:4 Alò, se pou sa, pale SENYÈ a: ‘Ou p ap desann soti nan kabann kote ou te monte a, men ou va anverite, mouri.’” Konsa, Élie te pati.
2KI 1:5 Lè mesaje yo te retounen bò kote li, li te di yo: “Se poukisa ke nou tounen an?”
2KI 1:6 Yo te di li: “Yon nonm te vin rankontre nou e te di nou: ‘Ale retounen kote wa ki te voye nou an e di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke w ap voye mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an? Pou sa, ou p ap desann Kabann kote ou fin monte a, men anverite, ou va mouri.’”’”
2KI 1:7 Li te di yo: “Ki kalite moun sa a ki te monte rankontre nou an pou te pale pawòl sila yo a nou?”
2KI 1:8 Yo te reponn li: “Yon nonm avèk anpil cheve ak yon sentiwon an kwi mare nan ren li.” Li te di: “Se Élie, Tichbit la.”
2KI 1:9 Konsa, wa a te voye kote li, yon kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Li te monte kote li; men vwala, li te chita sou do ti mòn nan. Konsa, li te di li: “O nonm Bondye a, wa a di ou: ‘Desann.’”
2KI 1:10 Élie te reponn a kapitèn a senkant lan: “Si se yon nonm Bondye mwen ye, ke dife vin desann nan syèl la e manje ou menm avèk senkant pa ou yo.” Epi dife te desann soti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa li yo.
2KI 1:11 Konsa, li te voye kote li yon lòt kapitèn a senkant ansanm ak senkant pa li yo. Epi li te di li: “O nonm Bondye, konsa pale wa a: ‘Desann vit.’”
2KI 1:12 Élie te reponn yo: “Si mwen se yon nonm Bondye, ke dife desann nan syèl la e manje ou avèk senkant pa ou yo.” Epi dife Bondye a te desann sòti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa l yo.
2KI 1:13 Konsa, li te voye ankò kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Lè twazyèm kapitèn nan te monte, li te vini e te bese ba sou jenou li devan Élie. Li te sipliye li e te mande li: “O nonm Bondye, souple kite lavi mwen avèk senkant sèvitè ou yo gade kòm presye nan zye ou.
2KI 1:14 Gade byen, dife te desann soti nan syèl la e te manje premye de kapitèn a senkant yo avèk senkant pa yo. Men koulye a, kite lavi mwen parèt presye nan zye ou.”
2KI 1:15 Zanj SENYÈ a te di a Élie: “Ale desann avèk li. Pa pè li.” Pou sa, li te leve e te desann avèk li kote wa a.
2KI 1:16 Epi li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te voye mesaje yo pou mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an—-èske se akoz nanpwen Dye an Israël pou mande pawòl Li? Pou sa, ou p ap desann kabann kote ou te monte a, men anverite, ou va mouri.’”
2KI 1:17 Konsa, Achazia te mouri selon pawòl SENYÈ a ke Élie te pale a. Epi akoz li pa t gen fis, Joram te devni wa nan plas li nan dezyèm ane a Joram, fis a Josaphat a, wa Juda a.
2KI 1:18 Alò, tout lòt zèv ke Achazia te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
2KI 2:1 Li te vin rive lè SENYÈ a te prèt pou ranmase Élie monte nan syèl nan yon van toubiyon, ke Élie te ale avèk Élisée sòti Guilgal.
2KI 2:2 Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: “Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel.” Men Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, yo te desann Béthel.
2KI 2:3 Alò, fis a pwofèt ki te Béthel yo te vin sòti kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va pran mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Konsa, li te di: “Wi, mwen konnen. Pa pale!”
2KI 2:4 Élie te di li: “Élisée, souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen Jéricho.” Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, mwen p ap kite ou”. Konsa, yo te vini Jéricho.
2KI 2:5 Fis a pwofèt ki te Jéricho yo te vin kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va retire mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Li te reponn: “Wi, mwen konnen; pa pale.”
2KI 2:6 Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan Jourdain an.” Li te reponn: “Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa yo de a te avanse.
2KI 2:7 Alò senkant mesye nan fis a pwofèt yo te ale kanpe anfas yo nan yon distans, pandan yo de a te kanpe akote Jourdain an.
2KI 2:8 Élie te pran manto li, li te pliye li ansanm, li te frape dlo yo e yo te vin divize isit e la, jiskaske yo de a te travèse sou tè sèch.
2KI 2:9 Lè yo te fin travèse, Élie te di a Élisée: “Mande sa ke m ta fè pou ou avan mwen retire m de ou.” Konsa, Élisée te di: “Souple, kite yon pòsyon doub nan lespri ou a rete sou mwen.”
2KI 2:10 Li te di: “Ou te mande yon bagay ki difisil. Si ou wè m lè m retire kite ou, se konsa l ap ye pou ou; men si se pa sa, sa p ap fèt.”
2KI 2:11 Pandan yo t ap fè wout yo e t ap prale, men vwala, yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la.
2KI 2:12 Élisée te wè e te kriye fò: “Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!” Epi li pa t wè Élie ankò. Alò, li te kenbe rad li e te chire li an de bout.
2KI 2:13 Anplis, li te pran manto Élie ki te sòti tonbe de li, lè l t ap prale a, e li te retounen kanpe akote rebò larivyè Jourdain an.
2KI 2:14 Li te pran manto Élie ki te tonbe de li menm nan, e li te frape dlo yo e te di: “Kote SENYÈ a, Bondye Élie a?” Epi lè l te frape dlo a ankò, yo te divize isit e la, epi Élisée te travèse rive lòtbò.
2KI 2:15 Alò, lè fis a pwofèt ki te Jéricho yo te wè li, yo te di: “Lespri Élie a poze sou Élisée.” Epi yo te vin rankontre li e te bese yo menm atè devan li.
2KI 2:16 Yo te di li: “Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale.” Li te di: “Ou p ap voye yo.”
2KI 2:17 Men lè yo te bourade li jiskaske li te wont, li te di yo: “Voye yo”. Konsa, yo te voye senkant mesye. Yo te chache pandan twa jou, men yo pa t jwenn li.
2KI 2:18 Yo te retounen kote li pandan li te rete Jéricho a. Li te di yo: “Èske mwen pa t di nou ‘Pa ale’?”
2KI 2:19 Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: “Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn wè a; men dlo a pa bon e tè a pa pwodwi anyen.”
2KI 2:20 Li te di: “Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann.” Konsa, yo te mennen ba li.
2KI 2:21 Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’”
2KI 2:22 Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.
2KI 2:23 Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò lavil la. Yo te moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!”
2KI 2:24 Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo.
2KI 2:25 Li te kite la pou rive Mòn Carmel, e soti la, li te rive Samarie.
2KI 3:1 Alò Joram, fis Achab la te devni Wa sou Israël nan Samarie nan di-zuityèm ane a Josaphat, wa Juda a, e li te renye pandan douzan.
2KI 3:2 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, malgre, se pa tankou papa li avèk manman li. Paske li te retire pilye sakre a Baal ke papa li te fè a.
2KI 3:3 Sepandan, li te kenbe rèd a peche Jéroboam, fis a Nebat la. Avèk sila li te fè Israël peche a. Li pa t kite yo.
2KI 3:4 Alò, Mesha, wa Moab la te yon mèt ki fò nan pran swen mouton. Li te konn peye wa Israël la avèk lenn a san-mil jenn mouton ansanm avèk lenn san-mil belye.
2KI 3:5 Men lè Achab te vin mouri, wa Moab la te fè rebèl kont wa Israël la.
2KI 3:6 Konsa, wa Joram te kite Samarie nan tan sa a pou te rasanble tout Israël.
2KI 3:7 Alò, li te voye kote Josaphat, wa Juda a. Li te di: “Wa Moab la te fè rebèl kont mwen. Èske ou va monte avè m pou goumen kont Moab?” Li te reponn: “M ap monte. Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.”
2KI 3:8 Konsa, li te mande: “Nan ki chemen nou dwe monte?” Wa Joram te reponn: “Pa chemen dezè ki nan Édom an.”
2KI 3:9 Konsa, wa Israël la te ale avèk wa Juda a ak wa Édom an e nan vwayaj la, yo fè yon tou mache pandan sèt jou, e pa t gen dlo pou lame a ak pou betay ki te swiv yo.
2KI 3:10 Alò, wa Israël la te di: “Elas! Konsa SENYÈ a te rele twa wa sa yo pou lage yo nan men Moab.”
2KI 3:11 Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a isit la, pou nou kapab fè demann SENYÈ a pa li menm?” Youn nan sèvitè wa yo te reponn. Li te di: “Élisée, fis a Schaphath la, ki te konn vide dlo sou men a Élie yo isit la.”
2KI 3:12 Josaphat te di: “Pawòl SENYÈ a avèk li.” Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, avèk wa Édom an te desann kote li.
2KI 3:13 Alò, Élisée te di a wa Israël la: “Kisa m gen avè w? Ale kote pwofèt a papa ou avèk pwofèt a manman ou yo.” Wa Israël la te reponn: “Non, paske SENYÈ a te rele twa wa sila yo ansanm pou livre yo nan men a wa Moab la.”
2KI 3:14 Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la, devan sila mwen kanpe a, si se pa ke m respekte prezans a Josaphat, wa Juda a, mwen pa t ap gade ou, ni wè ou.
2KI 3:15 Men koulye a, mennen ban mwen yon mizisyen.” Epi li te vin rive ke lè mizisyen an te jwe, men SENYÈ a te vini sou Elisée.
2KI 3:16 Li te di: “Konsa di SENYÈ a: ‘Fè vale sila a vin ranpli avèk kanal.’
2KI 3:17 Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Ou p ap wè van ni ou p ap wè lapli. Malgre sa, vale sila a va vin ranpli avèk dlo pou nou kab bwè; ni nou, ni bèf nou yo, ni bèt nou yo.
2KI 3:18 Sa se sèlman yon tikras bagay nan zye SENYÈ a. Anplis, Li va livre Moabit yo nan men nou.
2KI 3:19 Konsa, nou va frape chak vil ki fòtifye e chak nan pi bèl vil yo, koupe mete atè tout bon pyebwa, bouche tout sous dlo e gate tout bon mòso tè avèk wòch yo.’”
2KI 3:20 Li te vin rive nan maten vè lè pou ofri sakrifis la, ke vwala, dlo te sòti vè direksyon Édom e peyi a te vin ranpli avèk dlo.
2KI 3:21 Alò, tout Moabit yo te tande ke wa yo te monte pou goumen kont yo. Epi tout moun ki te kapab, te mete vètman pwotèj yo e sila avèk plis laj yo te resevwa lòd pou vin kanpe sou lizyè fwontyè a.
2KI 3:22 Yo te leve bonè nan maten, solèy la te vin klere sou dlo a, e Moabit yo te wè dlo anfas yo a wouj tankou san.
2KI 3:23 Konsa, yo te di: “Sa se san. Asireman, wa yo te goumen ansanm e youn te touye lòt. Pou sa, Moab, antre pran piyaj la!”
2KI 3:24 Men lè yo te rive nan kan Israël la, Izrayelit yo te leve e te frape Moabit yo jiskaske yo te kouri devan yo. Epi yo te avanse nan peyi a e te fè yon gwo masak pami Moabit yo.
2KI 3:25 Konsa, yo te detwi vil yo, epi chak moun te jete yon wòch sou chak mòso bon tè pou te plen yo. Epi yo te bouche tout sous dlo yo e te koupe tout bon pyebwa yo, jis yo rive nan Kir-Haréseth kote se sèl wòch li yo ki rete. Men mesye fistibal yo te antoure li e te frape li.
2KI 3:26 Lè wa Moab la te wè ke batay la te twò mechan pou li, li te pran avèk li sèt-san mesye ki te rale nepe pou ouvri yon pasaj pou rive kote wa Édom an; men yo pa t kapab.
2KI 3:27 Alò, li te pran pi gran fis li a ki te gen pou renye nan plas li, e li te ofri li kòm yon ofrann brile sou mi an. Epi te vin gen lakòlè byen cho kont Israël, e yo te kite li pou retounen nan peyi pa yo.
2KI 4:1 Alò, yon sèten fanm pami madanm fis a pwofèt yo te kriye kont Élisée: “Sèvitè ou a, mari mwen an mouri e ou konnen ke sèvitè ou te gen lakrent SENYÈ a. Konsa, mesye ki vèse prè kòb la, gen tan parèt pou pran de pitit mwen yo kòm esklav li.”
2KI 4:2 Élisée te di li: “Kisa pou m ta fè pou ou? Di mwen kisa ou gen nan kay la?” Epi li te di: “Sèvant ou pa gen anyen nan kay la sof ke yon bokal lwil.”
2KI 4:3 Alò, li te di: “Ale, prete veso vid toupatou pou kont ou nan men tout vwazen ou yo. Pa manke pran anpil.
2KI 4:4 Ou va antre anndan, fèmen pòt la dèyè ou avèk fis ou yo, vide nan tout veso sa yo, e sa ki plen yo, mete yo akote.”
2KI 4:5 Konsa, li te ale kite li e te fèmen pòt la dèyè li avèk fis li yo. Yo t ap mennen veso kote li pou l te plen.
2KI 4:6 Lè tout veso yo te plen li te di a fis li yo: “Mennen ban mwen yon lòt veso.” Epi li reponn li: “Nanpwen menm yon veso ankò.” Konsa, lwil la te sispann.
2KI 4:7 Alò, li te vin pale nonm Bondye a. Li te di l: “Ale vann lwil la pou peye dèt ou. Epi ou menm avèk fis ou yo kab viv sou sa ki rete a.”
2KI 4:8 Alò, te vin rive yon jou lè Élisée te pase bò kote Sunem, kote te gen yon fanm enpòtan. Konsa, fanm nan te konvenk li manje pen. Se konsa li te vin rive, ke nenpòt lè li te pase, li te vire antre la pou manje pen.
2KI 4:9 Fanm nan te di a mari li: “Gade byen, mwen apèsi ke sa se yon nonm sen a Bondye k ap pase bò kote nou tout tan.
2KI 4:10 Souple, annou fè yon ti chanm sou twati kay la. Annou mete yon kabann pou li la, avèk yon tab ak chèz avèk yon chandelye. Konsa li va ye ke lè li vini kote nou, li kapab vire antre la.”
2KI 4:11 Yon jou, li te vini la e te vire antre nan chanm anwo a pou te repoze.
2KI 4:12 Konsa li te di a Guéhazi, sèvitè li a: “Rele fanm Sinamit lan.” Epi lè li te fin rele li, li te parèt kanpe devan l.
2KI 4:13 Li te di Guéhazi: “Koulye a di li: ‘Gade, ou te byen pran swen nou avèk tout swen sila a. Se kisa nou kapab fè pou ou? Èske ou ta renmen m pale ak wa a pou ou, oswa kapitèn lame a?’” Li te reponn: “Mwen rete pami pwòp pèp pa m.”
2KI 4:14 Konsa, li te mande: “Alò, se kisa ki kab fèt pou li?” Epi Guéhazi te reponn: “Anverite, li pa gen fis, e mari li fin granmoun.”
2KI 4:15 Li te di: “Rele li.” Lè li te rele li, li te kanpe nan pòtay la.
2KI 4:16 Epi li te di: “Nan sezon sila nan ane k ap vini an, ou va anbrase yon fis.” Epi li te reponn: “Non, mèt mwen, O nonm Bondye a, pa bay manti a sèvant ou.”
2KI 4:17 Konsa, Fanm nan te vin ansent e te fè yon fis nan menm sezon sa a nan ane ki vini an, jan Élisée te pale li a.
2KI 4:18 Lè pitit la te fin grandi, jou a te rive pou li te ale kote papa li avèk moun rekòlt yo.
2KI 4:19 Li te di a papa li: “Tèt mwen, tèt mwen.” Epi papa l te pale sèvitè li: “Pote li bay manman li.”
2KI 4:20 Lè li te pran li pou te mennen li bay manman l, li te chita sou jenou li jis rive midi e li te mouri.
2KI 4:21 Li te monte anlè a, li te kouche li sou kabann nonm Bondye a, li te fèmen pòt la dèyè l e li te sòti.
2KI 4:22 Konsa, li te rele mari li, e li te di l: “Souple, voye ban m youn nan bourik yo pou m ka al jwenn nonm Bondye a epi tounen.”
2KI 4:23 Li te di, “Poukisa w ap al kote l jodi a? Lalin pa nèf, ni li pa Saba a.” Li te reponn: “L ap bon.”
2KI 4:24 Alò, li te sele yon bourik e te di a sèvitè li: “Kondwi pou avanse! Pa ralanti vitès sof ke se mwen ki di ou sa.”
2KI 4:25 Konsa li te ale e te vin kote nonm Bondye a sou Mòn Carmel. Lè nonm Bondye a te wè li a yon distans li te di a Guéhazi, sèvitè li a: “Men vwala se Sinamit lan.
2KI 4:26 Souple, kouri koulye a rankontre li, epi mande li: ‘Èske tout bagay byen pou ou? Èske sa byen pou mari ou? Èske sa byen pou fis ou a?’” Konsa, li te reponn: “L ap bon”.
2KI 4:27 Lè l te rive kote nonm Bondye a sou ti mòn nan, li te kenbe de pye li. Guéhazi te parèt pou pouse l fè l sòti; men nonm Bondye a te di: “Kite li, paske nanm li twouble anndan l. SENYÈ a te kache sa de mwen sa, e pa t di m sa.”
2KI 4:28 Fanm nan te di: “Èske mwen te mande mèt mwen pou yon fis? Èske mwen pa t di ou: ‘Pa twonpe m’?”
2KI 4:29 Alò, li te di a Guéhazi: “Mare senti ou, pran baton mwen nan men ou pou al fè wout ou. Si ou rankontre nenpòt moun, pa salye li, e si nenpòt moun salye ou, pa reponn li. Al mete baton mwen an kouche sou figi gason an.”
2KI 4:30 Manman a gason an te di: “Jan SENYÈ a viv la, e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, li te leve e te swiv li.
2KI 4:31 Guéhazi te pase devan yo e te kouche baton an sou figi a gason an, men li pa t fè bwi, ni li pa t reponn. Konsa, li te retounen rankontre Élisée e te di li: “Gason an pa t leve.”
2KI 4:32 Lè Élisée te vini nan kay la, men vwala, gason an te kouche tou mouri sou kabann li an.
2KI 4:33 Pou sa, li te antre fèmen pòt la dèyè yo toude a, e te priye a SENYÈ a.
2KI 4:34 Konsa, li te pwoche kouche sou pitit la, li te mete bouch li sou bouch pa li, zye li sou zye pa li, men li sou men pa li. Li te lonje kò li sou li, e chè pitit la te kòmanse vin cho.
2KI 4:35 Li te retounen nan kay la e te mache yon fwa ale retou, epi li te monte lonje li menm sou li. Gason an te touse sèt fwa e gason an te ouvri zye li.
2KI 4:36 Li te rele Guéhazi e te di: “Rele Sinamit lan.” Konsa, li te rele li. Lè li te antre kote li, li te di: “Ranmase pran pitit ou a.”
2KI 4:37 Alò, fanm nan te antre anndan; li te tonbe nan pye li e li te bese li menm jis atè. Epi li te pran fis li, e te sòti.
2KI 4:38 Lè Élisée te retounen Guilgal, te gen yon gwo grangou nan peyi a. Pandan fis a pwofèt yo te chita devan l, li te di a sèvitè li a: “Mete gwo bonm nan e fè yon bouyon pou fis a pwofèt yo.”
2KI 4:39 Epi youn te ale nan chan an pou ranmase epis yo e yo te twouve yon lyann sovaj. Li te ranmase sou li kont joumou pou plen vètman li. Li te vin koupe yo, pou fè yo antre nan bouyon, paske yo pa t rekonèt yo.
2KI 4:40 Konsa, yo te vide li pou mesye yo manje. Epi pandan yo t ap bwè bouyon an, yo te kriye fò. Yo te di: “O nonm Bondye, gen lanmò nan po a.” Epi yo pa t kab manje.
2KI 4:41 Men li te di: “Alò, pote sereyal moulen an.” Li te jete li nan bonm nan e te di: “Vide li pou pèp la pou yo kab manje.” Epi pa t gen okenn mal nan po a.
2KI 4:42 Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”
2KI 4:43 Asistan li an te di: “Kisa, èske mwen va mete sa a devan san moun?” Men li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje, paske se konsa SENYÈ a pale: ‘Yo va manje e va genyen ki rete.’”
2KI 4:44 Konsa, li te mete li devan yo, yo te manje e te genyen ki te rete, selon pawòl SENYÈ a.
2KI 5:1 Alò, Naaman, kapitèn lame a wa Syrie a, te yon mesye enpòtan a mèt li e li te estime anpil. Akoz li menm, SENYÈ a te bay yon viktwa pou Syrie. Anplis, mesye a te yon gèrye gran kouraj, men li te gen lalèp.
2KI 5:2 Alò, Siryen yo te sòti pa ekip e yo te pran an kaptivite yon jenn tifi nan peyi Israël; epi li te sèvi madanm a Naaman an.
2KI 5:3 Li te pale konsa a mètrès li a: “Mwen ta tèlman vle ke mèt mwen an te avèk pwofèt Samarie a! Konsa, li ta geri li pou l pa gen lalèp la.”
2KI 5:4 Naaman te antre kote mèt li a e te di: “Men konsa, fi ki sòti peyi Israël la te pale.”
2KI 5:5 Alò, wa Syrie a te di: “Ale koulye a e mwen va voye yon lèt kote wa Israël la.” Li te sòti e te pran avè l dis talan ajan ak si-mil sik an lò ak dis echanj vètman konplè.
2KI 5:6 Li te mennen lèt la bay wa Israël la ki te di: “Epi koulye a, kòmsi lèt sa a rive bò kote ou, men vwala, mwen te voye Naaman, sèvitè mwen an kote ou, pou ou kab geri li nan afè lalèp sila a.”
2KI 5:7 Lè wa Israël la te li lèt sa a, li te chire rad li. Li te di: “Èske se Bondye mwen ye, pou m kab touye e fè viv, pou nonm sa ta voye kote mwen pou geri yon mesye ki gen lalèp? Men gade byen kijan l ap chache yon kont avè m.”
2KI 5:8 Li te rive ke lè Élisée, nonm Bondye a te tande ke wa Israël la te chire rad li, li te voye kote wa a e te di: “Poukisa ou chire rad ou konsa? Koulye a, kite li vin kote mwen e li va konnen ke gen yon pwofèt an Israël.”
2KI 5:9 Konsa, Naaman te vini avèk cheval li yo ak cha li yo e te kanpe devan pòtay lakay Élisée.
2KI 5:10 Élisée te voye yon mesaje kote li ki te di: “Ale benyen nan Jourdain an sèt fwa. Chè ou va restore a ou menm e ou va vin pwòp.”
2KI 5:11 Men Naaman te vin byen fache. Li te sòti e te di: “Gade byen, mwen te konnen ke asireman, li ta parèt deyò kote mwen, kanpe pou rele non SENYÈ a, Bondye li a e voye men li sou plas pou geri moun lalèp la.
2KI 5:12 Èske rivyè Abana avèk Parpar nan Damas yo pa pi bon ke tout flèv Israël yo? Èske mwen pa t kab lave m nan yo e vin pwòp?” Konsa, li te vire sòti byen anraje.
2KI 5:13 Alò, sèvitè li yo te pwoche; yo te pale avèk li e te di: “Papa mwen, si pwofèt la te di ou pou fè yon gwo bagay, èske ou pa t ap fè l. Konbyen, anplis, lè li di ou ‘Lave ou pou vin pwòp?’”
2KI 5:14 Pou sa, li te desann e te fonse kò l sèt fwa nan Jourdain an, selon pawòl a nonm Bondye a; epi chè li te restore tankou chè a yon timoun, e li te vin pwòp.
2KI 5:15 Lè li te retounen kote nonm Bondye a avèk tout konpanyen li e te vin kanpe devan li, li te di: “Gade byen, koulye a, mwen konnen ke nanpwen lòt Dye nan tout tè a, sof ke an Israël. Pou sa, souple, aksepte yon kado nan men sèvitè ou a depi koulye a.”
2KI 5:16 Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, devan sila mwen kanpe a, mwen p ap pran anyen.” Konsa, li te ankouraje l pran, men li te refize.
2KI 5:17 Naaman te di: “Malgre, si se pa sa, souple, bay sèvitè ou a chaj de milèt tè; paske sèvitè ou a p ap ofri ofrann brile ni sakrifis a lòt dye, men a SENYÈ a.
2KI 5:18 Nan ka sa a, ke SENYÈ a kapab padone sèvitè ou a: lè mèt mwen antre nan kay Rimmon an, pou adore la, li va apiye sou men m e mwen va bese lakay Rimmon an, pou SENYÈ a kapab padone sèvitè ou a nan ka sa a.”
2KI 5:19 Li te di li: “Ale anpè.” Konsa, li te pati de li a yon distans.
2KI 5:20 Men Guéhazi, sèvitè Élisée a, nonm Bondye a, te reflechi: “Men gade, mèt mwen an te konsève Naaman sila a, Siryen an, pwiske li pa resevwa nan men l sa ke li te pote a. Jan SENYÈ a viv la, mwen ap kouri dèyè l e pran yon bagay de li menm.”
2KI 5:21 Konsa, Guéhazi te kouri dèyè Naaman. Lè Naaman te wè yon moun vin kouri dèyè li, li te desann cha a pou rankontre li. Li te di: “Èske tout bagay byen?”
2KI 5:22 Li te di: “Tout bagay byen. Mèt mwen an voye mwen. Li te di: ‘Gade byen, soti koulye a, de jenn mesye ki pami fis a pwofèt yo te vin kote mwen soti nan peyi ti mòn Ephraïm yo. Souple, ba yo yon talan ajan ak de echanj konplè nan vètman yo.’”
2KI 5:23 Naaman te di: “Avèk plezi, pran de talan yo.” Epi li te ankouraje li. Li te mare de talan ajan yo nan de sak avèk de echanj konplè nan rad yo, e li te bay yo a de sèvitè li yo, epi yo te pote yo devan li.
2KI 5:24 Lè li te rive kote ti mòn nan, li te pran yo soti nan men yo, li te mete yo nan kay la, li te voye mesye yo ale e yo te pati.
2KI 5:25 Men li te antre ladann e te kanpe devan mèt li. Konsa, Elisée te di li: “Kote ou te ye Guéhazi?” Li te reponn: “Sèvitè ou a pa t ale okenn kote non.”
2KI 5:26 Epi li te di l: “Èske kè m pa t sòti lè mesye a te vire kite cha li pou vin rankontre ou a? Èske sa se lè pou resevwa lajan, pou resevwa rad, chan doliv avèk chan rezen, avèk mouton ak bèf ak sèvitè avèk sèvant?
2KI 5:27 Pou sa, lalèp Naaman an ap kole sou ou avèk desandan ou yo jis pou tout tan.” Konsa, li te kite prezans li kon yon lèp blan tankou lanèj.
2KI 6:1 Alò fis a pwofèt yo te di a Élisée: “Gade byen, plas devan ou kote nou rete a twò piti pou nou.
2KI 6:2 Souple, annou ale nan Jourdain an e chak nan nou pran soti la yon poto epi annou fè yon plas pou pwòp tèt nou kote nou kab rete a.” Li te reponn: “Ale.”
2KI 6:3 Alò youn nan yo te di: “Souple, fè dakò pou ale avèk sèvitè nou yo.” Li te reponn: “M ap prale.”
2KI 6:4 Konsa, li te ale avèk yo. Lè yo rive kote Jourdain an, yo te koupe bwa yo.
2KI 6:5 Men pandan youn nan yo t ap fè tonbe yon poto, tèt rach la te tonbe nan dlo. Nonm nan te kriye fò e te di: “Anmwey, mèt mwen! Paske se prete li te ye!”
2KI 6:6 Epi nonm Bondye a te di: “Se kibò li te tonbe?” Epi lè li te montre li kote a, li te koupe yon bout bwa, e li te voye ladann pou te fè fè a vin monte sou dlo a.
2KI 6:7 Li te di: “Ranmase l pou kont ou.” Konsa, li te lonje men li pou te pran l.
2KI 6:8 Alò, wa Syrie a te fè lagè kont Israël, epi li te konsilte avèk sèvitè li yo. Li te di: “Antre tèl kote ak tèl kote, ki kote nou va fè kan an.”
2KI 6:9 Nonm Bondye a te voye kote wa Israël la. Li te di: “Veye pou ou pa pase nan kote sila a, paske Siryen yo ap desann la.”
2KI 6:10 Wa Israël la te voye nan plas kote nonm Bondye a te pale li a pou avèti l. Konsa, plis ke yon fwa oswa de fwa, li te sove li plizyè fwa.
2KI 6:11 Alò, kè a wa Syrie a te anraje sou afè sa a. Li te rele sèvitè li yo e te di yo: “Èske ou va di mwen kilès nan nou ki pou wa Israël la?”
2KI 6:12 Youn nan sèvitè li yo te di: “Non, mèt mwen, O wa a; men Élisée, pwofèt ki an Israël la ap pale wa Israël la pawòl ke ou pale menm nan chanm dòmi ou.”
2KI 6:13 Konsa, li te di: “Ale wè kote li ye a pou m kab voye pran l.” Epi yo te pale li, e te di: “Gade, li Dothan.”
2KI 6:14 Li te voye cheval avèk cha avèk yon gwo lame la. Yo te vini pandan lannwit e te antoure vil la.
2KI 6:15 Alò, lè sèvitè a nonm Bondye a te leve bonè pou te sòti deyò, vwala, yon lame avèk cheval ak cha te antoure vil la. Epi sèvitè li a te di li: “Anmwey, mèt mwen! Kisa n ap fè?”
2KI 6:16 Konsa, li te reponn: “Pa pè, paske sila ki avèk nou yo plis pase sila ki avèk yo a.”
2KI 6:17 Epi Élisée te priye e te di: “O SENYÈ, Mwen priye, ouvri zye li pou li kapab wè.” Epi SENYÈ a te ouvri zye a sèvitè li pou li te wè. Men vwala, tout mòn nan te ranpli avèk cheval avèk cha dife toupatou te antoure Élisée.
2KI 6:18 Lè yo te desann kote li, Élisée te priye a SENYÈ a e te di: “Mwen priye, frape pèp sa a pou fè yo vin avèg.” Konsa, Li te frape yo pou fè yo vin avèg selon pawòl Élisée a.
2KI 6:19 Konsa, Élisée te di yo: “Sa se pa chemen, ni se pa vil sa a. Swiv mwen e mwen va mennen ou kote nonm ke w ap chache a.” Epi li te mennen yo rive Samarie.
2KI 6:20 Lè yo te rive Samarie, Élisée te di: “O SENYÈ, ouvri zye a moun sila yo pou yo kapab wè.” Konsa, SENYÈ a te ouvri zye yo pou yo te wè; epi vwala, yo te nan mitan Samarie.
2KI 6:21 Konsa, wa Israël la, lè li te wè yo, li te di Élisée: “Papa mwen, èske m dwe touye yo? Èske m dwe touye yo?”
2KI 6:22 Li te reponn: “Ou pa pou touye yo. Èske ou ta touye sila ke ou fin pran an kaptivite avèk nepe oubyen ak banza ou? Mete pen avèk dlo devan yo pou yo kab manje ak bwè e ale kote mèt pa yo.”
2KI 6:23 Konsa, li te prepare yon gran repa pou yo, epi lè yo te fin manje e bwè, li te voye yo ale. Yo te ale kote mèt pa yo, epi bann piyajè Siryen yo pa t vini ankò nan peyi Israël.
2KI 6:24 Alò, li te vin rive apre sa ke Ben-Hadad, wa Syrie a, te rasanble tout lame li a e te monte fè syèj kont Samarie.
2KI 6:25 Te gen yon gwo grangou nan Samarie. Konsa, gade byen, yo te fè syèj la jis li rive ke tèt a yon bourik te vann pou katreven sik an ajan e yon ka kab poupou toutrèl pou senk sik ajan.
2KI 6:26 Pandan wa Israël la t ap pase sou mi an, yon fanm te kriye fò a li menm e te di: “Fè m sekou, mèt mwen, O Wa a!”
2KI 6:27 Wa a te di: “Si SENYÈ a pa ede ou, soti kibò mwen kab ede ou? Depi nan glasi vannen an, oswa avèk aparèy peze rezen an?”
2KI 6:28 Epi wa a te mande l: “Kisa ou genyen?” Epi li te reponn: “Fanm sa a te di mwen: ‘Ban m ti fis ou a pou nou kab manje li jodi a e nou va manje fis pa ou a demen.’
2KI 6:29 Konsa, nou te bouyi fis mwen an e manje li; epi mwen te di li sou jou ki vini an: ‘Ban m fis ou a pou nou kab manje li,’ men li te kache fis li a.”
2KI 6:30 Lè wa a te tande pawòl a fanm nan, li te chire rad li—epi koulye a, li t ap pase sou mi an—-e pèp la t ap gade, epi vwala, li te gen twal sak anba vètman a sou kò li.
2KI 6:31 Konsa, li te di: “Ke Bondye fè m sa, e menm plis, si tèt a Élisée, fis a Schaphath la rete sou kò li jodi a.”
2KI 6:32 Alò, Élisée te chita lakay li a, e ansyen yo te chita avèk li. Epi wa a te voye yon mesye soti nan prezans li; men avan mesaje a te rive kote li, Élisée te di a ansyen yo: “Èske ou wè kijan mesye sa a, fis a yon asasen te voye pou retire pran tèt mwen? Gade, lè mesaje a vini, fèmen pòt la kont li e kenbe pòt la fèmen kont li. Èske se pa son a pye mèt li a ki dèyè li?”
2KI 6:33 Pandan li te toujou ap pale avèk yo, men vwala, mesaje a te desann kote li. Li te di: “Men gade, mechanste sa a sòti nan SENYÈ a; poukisa mwen ta dwe tann SENYÈ a ankò?”
2KI 7:1 Epi Élisée te di: “Koute pawòl SENYÈ a. Konsa pale SENYÈ a: ‘Demen vè lè sa a, yon mezi farin fen va vann pou yon sik, e de mezi lòj pou yon sik nan pòtay Samarie a.’”
2KI 7:2 Ofisye wayal la sou men a sila wa a te apiye a te reponn nonm Bondye a. Li te di: “Gade byen, menm si SENYÈ a ta fè fenèt nan syèl la, èske bagay sa a ta kab rive?” Konsa, Élisée te reponn: “Gade byen, ou va wè l ak pwòp zye pa w, men ou p ap manje ladann.”
2KI 7:3 Alò, te genyen kat mesye lalèp nan antre pòtay la. Yo te di youn ak lòt: “Poukisa n ap chita la jiskaske nou mouri?
2KI 7:4 Si nou di: ‘N ap antre nan vil la’, alò grangou nan vil la, nou va mouri la. Epi si nou chita isit la, nou va mouri tou. Pou sa, vini, annou janbe lòtbò nan kan Siryen yo. Si yo lese nou viv, nou va viv; epi si yo touye nou, nou p ap gen plis pase mouri.”
2KI 7:5 Konsa, yo te leve avan l fènwa pou ale nan kan Siryen yo, epi gade byen, pa t gen moun la.
2KI 7:6 Paske SENYÈ a te fè lame Siryen an tande bwi a cha yo avèk bwi cheval yo, son a yon gwo lame, jiskaske yo te di youn ak lòt: “Men gade, wa Israël la gen tan mete an sèvis kont nou wa Etyen yo avèk wa Ejipsyen yo pou yo vini sou nou.”
2KI 7:7 Pou sa, yo te leve kouri pandan tenèb la t ap pwoche e te kite tant yo avèk cheval yo avèk bourik yo ak kan an, jis jan ke li te ye a pou te sove ale e sove lavi yo.
2KI 7:8 Lè moun lalèp sa yo te rive nan landwa kan an, yo te antre nan yon tant pou te manje ak bwè e yo te pote soti la, ajan avèk lò avèk rad pou te ale sere yo. Epi yo te tounen antre nan yon lòt tant pou te pote soti la tou pou te ale sere yo.
2KI 7:9 Men konsa, yo te pale youn ak lòt: “Nou pa fè byen. Jou sa a se yon jou bòn nouvèl, men nou rete an silans. Si nou tann jis rive maten an, pinisyon va vin rive sou nou. Alò, pou sa, annou ale pale moun lakay wa a.”
2KI 7:10 Konsa, yo te antre e yo te rele gadyen pòtay lavil yo pou te pale yo e te di: “Nou te rive nan kan Siryen yo e vwala, pa t gen moun la, ni menm vwa a yon moun, men sèlman cheval ki te mare ak bourik mare e tant yo menm jan yo te ye.”
2KI 7:11 Gadyen pòtay yo te rele pale anndan kay wa a.
2KI 7:12 Wa a te leve nan lannwit lan e li te di a sèvitè li yo: “Mwen va pale ou koulye a sa ke Siryen yo gen tan fè. Yo konnen ke nou grangou; pou sa, yo te kite kan an pou kache yo menm nan chan an. Y ap di: ‘Lè yo sòti lavil la, nou va kaptire yo vivan e antre nan vil la.’”
2KI 7:13 Youn nan sèvitè li yo te di: “Souple, kite kèk moun pran senk nan cheval ki rete lavil la. Gade byen, malgre nenpòt nan yo va menm jan ak tout rès foul moun ki rete ladann nan. Gade byen, yo tankou tout foul ki gen tan peri deja. Pou sa, annou voye gade.”
2KI 7:14 Konsa, yo te pran de cha avèk cheval e wa a te voye yo dèyè lame Siryen an, e te di: “Ale gade.”
2KI 7:15 Yo te ale dèyè yo jis rive nan Jourdain an, e gade, tout chemen an te ranpli avèk rad ak ekipaj ke Siryen yo te jete nan sove ale. Alò, mesaje yo te retounen pou te pale wa a.
2KI 7:16 Konsa, pèp la te sòti e te piyaje kan Siryen an. Alò, yon mezi farin fen te vann pou yon sik e de mezi lòj pou yon sik, selon pawòl SENYÈ a.
2KI 7:17 Alò, wa a te chwazi menm ofisye wayal la, sou men a sila li te konn apiye a, pou pran chaj pòtay la; men pèp la te foule li anba pye nan pòtay la e li te vin mouri jis jan ke nonm Bondye a te pale a, ki t ap pale pandan wa a te vin desann kote l la.
2KI 7:18 Li te vin rive jis jan ke nonm Bondye a te pale a wa a, lè l te di: “De mezi lòj pou yon sik e yon mezi farin fen pou yon sik, va vann demen vè lè sa a nan pòtay Samarie.”
2KI 7:19 Epi ofisye wayal la te reponn nonm Bondye a e te di: “Alò gade byen, Si SENYÈ a ta fè fenèt nan syèl la, èske yon bagay konsa ta kab rive?” Epi li te di: “Gade byen, ou va wè li avèk pwòp zye pa ou, men ou p ap manje ladann.”
2KI 7:20 Epi se konsa sa te vin rive li, paske pèp la te foule li anba pye nan pòtay la, e li te vin mouri.
2KI 8:1 Alò, Élisée te pale ak fanm a fis ki te geri a. Li te di: “Leve ale avèk tout lakay ou e ale viv nenpòt kote ou kab ale viv; paske SENYÈ a te deklare yon gwo grangou e sa va rive menm sou peyi a pandan sèt ane.”
2KI 8:2 Konsa, fanm nan te leve e te fè selon pawòl a nonm Bondye a. Li te ale avèk lakay li pou te vin viv nan peyi Filisten yo pandan sèt ane.
2KI 8:3 Nan fen sèt ane yo, fanm nan te retounen soti nan peyi Filisten yo. Konsa, li te soti deyò pou fè demann a wa a pou lakay li avèk chan li.
2KI 8:4 Alò, wa a t ap pale avèk Guéhazi, sèvitè a nonm Bondye a, e li t ap di: “Souple, fè m konnen tout gran bagay ke Élisée te konn fè yo.”
2KI 8:5 Pandan li t ap pale wa a ki jan li te restore lavi a sila ki te mouri an, men vwala, fanm a fis ke li te resisite a, te fè demann nan pou afè chan pa li a. Epi Guéhazi te di: “Mèt mwen, wa a, sa se fanm nan e sa se fis li a, ke Elisée te restore lavi a.”
2KI 8:6 Lè wa a te mande fanm nan, li te pale li sa a. Konsa, wa a te chwazi pou li yon sèten ofisye, e li te di: “Restore a li menm tout sa ki te pou li, ak tout pwodwi a chan li soti jou ke li te kite tè a jis rive koulye a.”
2KI 8:7 Konsa, Élisée te vin Damas. Alò, Ben-Hadad, wa Syrie a, te malad. Yo te di li: “Nonm Bondye a gen tan rive isit la.”
2KI 8:8 Wa a te di a Hazaël: “Pran yon kado nan men ou pou ale rankontre nonm Bondye a, e mande a SENYÈ a selon li menm. Mande l: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”
2KI 8:9 Konsa, Hazaël te ale rankontre li avèk yon kado nan men l, menm de tout kalite bon bagay Damas, pote sou karant chaj chamo. Li te vin rive kanpe devan li e te di: “Fis ou Ben-Hadad, wa Syrie a, te voye mwen kote ou. Li te vle m mande pou li: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”
2KI 8:10 Alò, Élisée te di li: “Ale pale li konsa, ‘Ou va asireman refè;’ men SENYÈ a te montre mwen ke byensi, l ap mouri.’”
2KI 8:11 Li te gade l byen fiks, jiskaske li te wont. Epi nonm Bondye a te kriye.
2KI 8:12 Hazaël te di: “Poukisa mèt mwen ap kriye a?” Alò, li te reponn: “Paske mwen konnen mal la ke ou va fè a fis Israël yo: Fòterès ke ou va brile ak jennonm pa yo ke ou va touye avèk nepe, pitit pa yo ke ou va kraze an mòso ak fanm gwo vant yo ke ou va chire nèt.”
2KI 8:13 Epi Hazaël te di li: “Men kisa sèvitè ou ye? Yon chen ki ta fè gwo bagay sa a?” Élisée te reponn: “SENYÈ a te montre mwen ke ou va wa sou Syrie.”
2KI 8:14 Konsa, li te pati kite Élisée pou te retounen kote mèt li, ki te mande l: “Se kisa ke Élisée te di ou?” Epi li te reponn: “Li te di mwen ke ou ta asireman vin refè.”
2KI 8:15 Nan jou swivan an, li te pran yon gwo kouvèti a, li te fonse l nan dlo e li te ouvri li sou figi li, jiskaske wa a te mouri. Konsa, Hazaël te vin wa nan plas li.
2KI 8:16 Alò, nan senkyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël la, pandan Josaphat te wa Juda, Joram, fis Josaphat, wa Juda, te devni wa.
2KI 8:17 Li te gen laj a trann-dezan lè li te devni wa, e li te renye uitan nan Jérusalem.
2KI 8:18 Li te mache nan chemen a wa Israël yo, jis jan ke lakay Achab te fè a, paske fi Achab la te devni madanm li. Li te fè mal nan zye SENYÈ a.
2KI 8:19 Sepandan, SENYÈ a pa t gen volonte pou detwi Juda, pou koz David, sèvitè li a, paske li te pwomèt li pou ba li toujou yon lanp a li menm pa fis li yo pou tout tan.
2KI 8:20 Nan jou pa li yo, Édom te fè rebèl soti anba men Juda e yo te fè yon wa sou pwòp tèt pa yo.
2KI 8:21 Epi Joram te travèse kote Tsaïr e tout cha li yo avèk li. Li te leve nan lannwit pou te frape Edomit ki te antoure li avèk kapitèn a cha yo, men lame pa li a te sove ale rive nan tant pa yo.
2KI 8:22 Konsa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive jodi a. Alò, Libna te revòlte nan menm lè a.
2KI 8:23 Tout lòt zèv a Joram yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a wa a Juda yo?
2KI 8:24 Konsa, Joram te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la. Epi Achazia te devni wa nan plas li.
2KI 8:25 Nan douzyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël, Achazia, fis a Joram nan te kòmanse renye.
2KI 8:26 Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye yon ane nan Jérusalem. Manman li te rele Athalie, pitit a pitit Omri, wa Israël la.
2KI 8:27 Achazia te mache nan chemen lakay Achab e te fè mal nan zye SENYÈ a tankou lakay Achab, akoz se te bofis a lakay Achab.
2KI 8:28 Alò, li te ale avèk Joram, fis a Achab la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad e Siryen yo te blese Joram.
2KI 8:29 Konsa, Wa Joram te retounen nan Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li nan Rama a lè li te goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann wè Joram, fis Achab la nan Jizréel akoz li te malad la.
2KI 9:1 Alò, Élisée, pwofèt la, te rele youn nan fis a pwofèt yo. Li te di li: “Mare senti ou e pran bokal lwil la nan men ou pou monte Ramoth-Galaad.
2KI 9:2 Lè ou rive la, chache jwenn Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a. Antre ladann, mande li vin apa de frè li yo. Mennen li nan yon chanm anndan.
2KI 9:3 Konsa, pran bokal lwil la, vide li sou tèt li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a; “Mwen te onksyone ou wa sou Israël.”’ Epi konsa, louvri pòt la, kouri sove ale! Pa tann!”
2KI 9:4 Konsa, jennonm nan, sèvitè pwofèt la, te ale Ramoth-Galaad.
2KI 9:5 Lè l rive, men vwala, kapitèn a lame yo te chita. Li te di: “Mwen gen yon pawòl pou ou O kapitèn.” Jéhu te reponn: “Pou kilès nan nou?” Li te di: “Pou ou, O kapitèn.”
2KI 9:6 Li te leve pou antre nan kay la. Li te vide lwil sou tèt li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, Mwen te onksyone ou Wa sou pèp SENYÈ a, sou Israël menm.
2KI 9:7 Ou gen pou frape lakay Achab, mèt ou a, pou Mwen kapab fè revandikasyon san a sèvitè mwen yo, pwofèt yo ak san a tout sèvitè SENYÈ yo, pa men Jézabel.
2KI 9:8 ‘Paske tout lakay Achab va peri e Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib an Israël.
2KI 9:9 Mwen va fè lakay Achab vin tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la, e tankou lakay Basha, fis Achija a.
2KI 9:10 Chen ap manje Jézabel nan tèritwa Jizréel la, e nanpwen moun k ap antere li.’” Konsa, li te ouvri pòt la e te sove ale.
2KI 9:11 Alò Jéhu te sòti deyò kote sèvitè mèt li yo. Youn nan yo te mande l: “Èske tout bagay byen? Poukisa nonm fou sila a te vin kote ou a?” Li te reponn yo: “Ou konnen nonm sila a avèk tout sa li pale yo.”
2KI 9:12 Yo te di: “Sa se manti. Pale nou koulye a.” Li te di: “Li te di m, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te onksyone ou wa sou Israël”’”.
2KI 9:13 Konsa, yo te fè vit, chak moun te pran vètman pa yo, te plase yo anba li sou mach la. Yo te soufle twonpèt la e yo t ap di: “Jéhu se wa a!”
2KI 9:14 Konsa Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a, te fè konplo kont Joram. Alò, Joram avèk tout Israël t ap defann Ramoth-Galaad kont Hazaël, wa Syrie a.
2KI 9:15 Men Wa Joram te fin retounen a Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li lè li te goumen avèk Hazaël, wa Syrie a. Konsa, Jéhu te di: “Si sa se volonte ou, pa kite pèsòn chape kite vil la pou ale pale Jizréel.”
2KI 9:16 Alò, Jéhu te monte yon cha pou te ale Jizréel, paske Joram te kouche la. Achazia, wa Juda a, te deja desann pou wè Joram.
2KI 9:17 Koulye a, gadyen an te kanpe sou fò Jizréel, e li te wè konpanyen Jéhu, pandan li t ap vini. Li te di: “Mwen wè yon konpanyen.” Joram te di: “Pran yon chevalye, voye li rankontre yo e kite li di: ‘Èske sa an pè?’”
2KI 9:18 Konsa, yon chevalye te ale rankontre li. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’” Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.” Konsa, gadyen an te bay rapò a. “Mesaje a te rive kote yo, men li pa t retounen.”
2KI 9:19 Li te voye yon dezyèm chevalye, ki te rive kote yo. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’” Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”
2KI 9:20 Gadyen an te bay rapò a: “Lè te rive kote yo menm, men li pa t retounen, epi kondwi li se tankou kondwi a Jéhu, paske li kondwi tankou moun anraje.”
2KI 9:21 Konsa, Joram te di: “Fè cha a vin parèt.” Epi yo te prepare cha li a. Joram, wa Israël la, avèk Achazia, wa Juda a te sòti yo chak nan cha pa yo, yo te ale rankontre Jéhu, e yo te twouve li sou tèren Naboth la, Jizreyelit la.
2KI 9:22 Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?” Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”
2KI 9:23 Alò, Joram te frennen cha a, tou vire e te sove ale. Li te pale Achazia: “Trayizon, O Achazia!”
2KI 9:24 Konsa, Jéhu te rale banza li ak tout fòs e te tire Joram antre bwa li. Flèch la te pase nan kè l e li te bese desann nan cha li.
2KI 9:25 Alò, Jéhu te pale ak Bidqar, adjwen li an: “Pran l e jete l nan chan Naboth la, Jizreyelit la, paske mwen sonje lè ou avèk mwen te monte kouri ansanm dèyè Achab, papa li, ke SENYÈ a te pwononse pawòl sa a kont li:
2KI 9:26 ‘Anverite, Mwen te wè ayè, san Naboth la ak san a fis li yo,’ pale SENYÈ a, ‘epi, Mwen va rekonpanse ou nan tèren sa a’, pale SENYÈ a. Alò, pou sa, pran l e jete l nan tèren an, selon pawòl SENYÈ a.”
2KI 9:27 Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri.
2KI 9:28 Sèvitè li yo te pote li nan yon cha rive Jérusalem e yo te antere li nan tonm pa li avèk zansèt li yo nan vil David la.
2KI 9:29 Alò, nan onzyèm ane règn Joram la, fis Achab la, Achazia te devni wa sou Juda.
2KI 9:30 Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa. Li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la.
2KI 9:31 Lè Jéhu te antre nan pòtay la, li menm Jézabel te di: “Èske tout bagay byen, Zimri, asasen mèt pa w la?”
2KI 9:32 Jéhu te leve figi li vè fenèt la e te di: “Se kilès ki pou mwen? Kilès?” Konsa, de oswa twa lenik rèn nan te gade anba kote li.
2KI 9:33 Li te di: “Jete li anba.” Konsa, yo te jete li anba e kèk nan san li te vòltije jis sou miray la ak sou cheval yo, epi li te foule anba pye yo.
2KI 9:34 Lè Jéhu te antre, li te manje e bwè. Konsa, li te di: “Okipe koulye a de fanm modi sila a e antere li; paske se fi a wa a ke li ye.”
2KI 9:35 Yo te ale antere l, men yo pa t jwenn plis ke zo tèt la, pye yo avèk pla men yo.
2KI 9:36 Pou sa, yo te retounen pou te pale li. Konsa, li te di: “Sa se pawòl SENYÈ a, ke Li te pale pa sèvitè li, Élie, Tichbit la. Li te di: ‘Nan tèren Jizréel la, chen yo va manje chè Jézabel,
2KI 9:37 epi kadav Jézabel va tankou fimye bèt sou sifas chan nan tèren Jizréel la, jiskaske yo pa ka di: “Sa se Jézabel.”’”
2KI 10:1 Alò, Achab te gen swasann-dis fis Samarie. Epi Jéhu te ekri lèt pou te voye Samarie, kote chèf Jizréel yo, ansyen yo e vè gadyen pitit Achab yo, e te di:
2KI 10:2 “Alò, lè lèt sa a rive kote ou, akoz fis a mèt ou yo avè w, menm jan avèk cha yo, cheval yo ak yon vil fòtifye avèk zam,
2KI 10:3 chwazi pi bon ak pi kapab pami fis a mèt ou yo, mete li sou twòn papa l, e batay pou lakay mèt ou.”
2KI 10:4 Men yo te pè anpil. Yo te di: “Men gade, de wa sila yo pa t kanpe devan li! Alò, kijan nou kab kanpe?”
2KI 10:5 Epi sila ki te sou tout kay la ak sila ki te sou vil la, ansyen yo ak gadyen zanfan yo, te voye kote Jéhu e te di: “Nou se sèvitè ou. Tout sa ou mande nou, nou va fè l. Nou p ap fè okenn moun wa. Fè sa ki bon nan zye ou.”
2KI 10:6 Alò, li te ekri yon lèt yon dezyèm fwa. Li te di: “Si ou sou kote pa m, ou va koute vwa m, pran tèt a mesye yo, fis a mèt ou yo, e vin kote mwen Jizréel demen vè lè sa a.” Alò, fis a wa yo, swasann-dis moun, te avèk moun enpòtan ki nan vil yo ki t ap leve yo.
2KI 10:7 Lè lèt la te rive kote yo, yo te pran fis a wa yo e te touye yo; swasann-dis moun, e te mete tèt pa yo nan panyen pou te voye yo kote li Jizréel.
2KI 10:8 Lè mesaje a te vin pale li, li te di: “Yo gen tan pote tèt a fis a wa yo.” Li te di yo: “Mete yo nan de pil nan antre pòtay la jis rive nan maten.”
2KI 10:9 Alò, nan maten, li te ale deyò pou te kanpe pale a tout pèp la: “Nou inosan. Gade byen, mwen te fè konplo kont mèt mwen, e mwen te touye li. Men se kilès ki te touye tout sila yo?
2KI 10:10 Pou sa, konnen byen ke anyen p ap tonbe atè nan pawòl ke SENYÈ a te pale selon lakay Achab la, paske SENYÈ a te fè sa li te pale ak sèvitè li a, Élie.”
2KI 10:11 Konsa, Jéhu te touye tout sila ki te rete lakay Achab nan Jizréel yo ak tout moun pwisan pa li yo, avèk sila ki te konnen li yo, avèk prèt li yo, jiskaske pa t gen moun pa l vivan.
2KI 10:12 Epi li te leve sòti ale Samarie. Nan chemen an, pandan li te Beth-Eked ki te pou bèje yo,
2KI 10:13 Jéhu te rankontre fanmi a Achazia, wa Juda a. Li te mande: “Se kilès nou ye?” Yo te reponn: “Nou se fanmi a Achazia. Nou te vin desann pou salye fis a wa yo avèk fis a rèn nan.”
2KI 10:14 Li te di: “Pran yo vivan.” Konsa, yo te pran yo vivan e te touye yo nan fòs ki rele Beth-Eked la; karann-de mesye, e li pa t kite youn nan yo.
2KI 10:15 Alò, lè li te kite la, li te rankontre Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?” Jonadab te reponn: “Li konsa.” Jéhu te di: “Si li konsa, ban mwen men ou.” Epi li te pran li fè l monte nan cha li a.
2KI 10:16 Li te di: “Vini avè m pou wè zèl mwen pou SENYÈ a.” Konsa, li te fè li ale nan cha li a.
2KI 10:17 Lè li te rive Samarie, li te touye tout moun ki te rete pou Achab Samarie yo, jiskaske li te fin detwi li nèt, selon pawòl SENYÈ a te pale a Élie a.
2KI 10:18 Konsa, Jéhu te rasanble tout pèp la e li te pale yo: “Achab te sèvi Baal yon tikras; Jéhu va sèvi li anpil.
2KI 10:19 Pou sa, voye fè parèt tout pwofèt a Baal yo, tout sila ki sèvi l avèk tout prèt li yo. Pa kite youn nan yo pa la. Paske mwen gen yon gran sakrifis pou Baal. Nenpòt moun ki pa la, p ap viv.” Men se avèk riz Jéhu te fè sa, jis pou li ta kapab detwi fidèl a Baal yo.
2KI 10:20 Jéhu te di: “Anonse yon fèt sen pou Baal.” Epi yo te anonse l.
2KI 10:21 Konsa, Jéhu te voye toupatou an Israël e tout sèvitè a Baal yo te vini, jis pa t gen yon moun ki rete ki pa t vini. Lè yo te antre nan kay Baal la, kay Baal la te ranpli jis sòti nan yon pwent pou rive nan yon lòt pwent.
2KI 10:22 Li te di a sila ki te sou chaj vètman yo: “Mennen vètman yo deyò pou tout sèvitè Baal yo.” Konsa, li te mennen vètman yo deyò pou yo.
2KI 10:23 Jéhu te antre lakay Baal avèk Jonadab, fis a Récab la, epi li te di a sèvitè Baal yo: “Chache pou wè ke pa gen pami nou okenn nan sèvitè SENYÈ a; men sèlman sèvitè a Baal yo.”
2KI 10:24 Epi yo te antre ladann pou ofri sakrifis avèk ofrann brile. Alò, Jéhu te estasyone pou li, katre-ven òm deyò a, e li te di: “Sila ki kite nenpòt nan mesye yo ke m mennen nan men nou yo chape, li menm va bay lavi li an echanj.”
2KI 10:25 Li te vin rive ke depi li te fin fè ofrann brile a, Jéhu te di a gad avèk ofisye wayal yo, “Antre ladann e touye yo! Pa kite pèsòn sòti!” Konsa, yo te touye yo avèk lam nepe, epi gad avèk ofisye wayal yo te jete yo deyò e te antre nan chanm enteryè nan kay Baal la.
2KI 10:26 Yo te pran pilye sakre lakay Baal yo e te mennen yo deyò pou te brile yo.
2KI 10:27 Anplis, yo te kraze pilye sakre a Baal la, yo te kraze kay Baal la e te fè l tounen yon latrin jis rive jodi a.
2KI 10:28 Konsa, Jéhu te rache Baal sòti an Israël.
2KI 10:29 Men peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche a, depi sila yo, Jéhu pa t kite yo, menm jenn bèf an lò ki te Béthel e ki te Dan.
2KI 10:30 SENYÈ a te di a Jéhu: “Akoz ou te fè sa ki bon nan acheve sa ki bon nan zye m, e ou te fè a lakay Achab selon tout sa ki te nan kè M, fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.”
2KI 10:31 Men Jéhu pa t fè atansyon mache avèk tout kè li nan lalwa SENYÈ a, Bondye Israël la. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo.
2KI 10:32 Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse koupe retire li nan peyi Israël la. Hazaël te bat yo toupatou nan tèritwa Israël la,
2KI 10:33 soti nan Jourdain an pou ale vè lès, tout peyi Galaad la, Gadit yo, Ribenit yo ak Manasit yo, soti nan Aroër, ki akote vale Arnon an, menm Galaad avèk Basan.
2KI 10:34 Alò, tout lòt zèv a Jéhu yo ak tout sa li te fè avèk tout pwisans li, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
2KI 10:35 Konsa, Jéhu te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li Samarie. Joachaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
2KI 10:36 Alò, tan ke Jéhu te renye sou Israël Samarie a se te venn-tuitan.
2KI 11:1 Lè Athalie, manman Achazia te wè ke fis li a te mouri, li te leve detwi tout pitit a fanmi wayal yo.
2KI 11:2 Men Yehoshéba, fi a Wa Joram nan, sè Achazia a, te pran Joas, fis a Achazia a e li te rachte li pami fis a wa ki t ap mete a lanmò yo, e li te plase li avèk fanm nouris pa li nan chanm dòmi an. Konsa, yo te kache li soti Athalie pou li pa t mete a lanmò.
2KI 11:3 Konsa, li te kache avèk li pandan sizan lakay SENYÈ a, pandan Athalie t ap renye sou peyi a.
2KI 11:4 Alò, nan setyèm ane a, Joïada te voye mennen kapitèn a santèn yo, a Karyen yo ak nan gad yo. Li te mennen yo kote li lakay SENYÈ a, e li te montre yo fis a wa a.
2KI 11:5 Li te kòmande yo e te di: “Men bagay ke ou oblije fè: yon tyè nan nou, ki vin antre nan Saba a, veye sou lakay wa a;
2KI 11:6 yon tyè tou, nan Pòtay ki rele Sur a, ak yon tyè nan pòtay dèyè gad yo, ki va veye sou kay la kòm defans.
2KI 11:7 De pati ladann nan, tout moun ki sòti nan Saba a, va osi veye sou lakay SENYÈ a pou wa a.
2KI 11:8 Epi nou va antoure wa a, chak moun avèk zam li nan men l; epi nenpòt moun ki antre nan ran pa nou, yo va mete a lanmò. Epi rete avèk wa a lè l sòti ak lè l lantre.”
2KI 11:9 Konsa, kapitèn a santèn yo te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande li. Yo chak nan yo te pran mesye pa li yo ki te genyen pou antre nan Saba a, avèk sila ki te gen pou sòti nan Saba yo pou te rive kote Jehojada, prèt la.
2KI 11:10 Prèt la te bay kapitèn a santèn yo lans avèk boukliye, sòti lakay SENYÈ a ki te konn pou Wa David la.
2KI 11:11 Gad yo te kanpe chak avèk zam pa yo nan men yo, soti sou kote dwat kay la, jis rive sou kote goch kay la, akote lotèl la e akote kay la, yo te antoure wa a.
2KI 11:12 Epi li te mennen fè parèt deyò fis a wa a e te mete kouwòn nan sou tèt li, avèk temwen an; epi yo te fè li wa e te onksyone li. Yo te bat men yo e te di: “Viv wa a!”
2KI 11:13 Lè Athalie te tande bwi a gad la ak pèp la, li te vin kote moun yo lakay SENYÈ a.
2KI 11:14 Li te gade, e men vwala, wa a te kanpe akote pilye a, selon koutim nan, avèk kapitèn yo ak twonpèt yo akote wa a. Epi tout moun peyi a t ap rejwi e sone twonpèt yo. Athalie te chire rad li e te kriye: “Trayizon, Trayizon!”
2KI 11:15 Jehojada, prèt la, te kòmande kapitèn a santèn ki te chwazi sou lame a. Li te di yo: “Mennen li deyò antre nan ran sòlda yo e nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mete a lanmò nan kay SENYÈ a.”
2KI 11:16 Pou sa, yo te sezi li, lè li te rive kote antre cheval lakay wa yo, li te mete a lanmò la.
2KI 11:17 Epi Jehojada te fè yon akò antre SENYÈ a, wa a ak pèp la, pou yo ta devni pèp SENYÈ a, e osi antre pèp la avèk wa a.
2KI 11:18 Tout pèp peyi a te ale kote kay Baal la, yo te chire li. Lotèl li ak imaj li yo, yo te kraze an mòso nèt, e yo te touye Matthan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Prèt la te chwazi ofisye yo sou kay SENYÈ a.
2KI 11:19 Li te pran kapitèn a santèn yo avèk Karyen yo, avèk gad yo ak tout pèp peyi a. Konsa, yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a e yo te vini pa chemen pòtay gad yo rive lakay wa a. Epi li te chita sou twòn a wa yo.
2KI 11:20 Konsa, tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò pa nepe a lakay wa a.
2KI 11:21 Joas te genyen laj sèt ane lè l te vin wa a.
2KI 12:1 Nan setyèm ane Jéhu, Joas te vin wa a, e li te renye karantan Jérusalem. Non manman li te Tsibja nan Beer-Schéba.
2KI 12:2 Joas te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou li yo depi Jehojada, prèt la, te enstwi li.
2KI 12:3 Sèlman, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo.
2KI 12:4 Alò, Joas te di a prèt yo: “Tout lajan de afè konsakre yo, ki pote antre nan kay SENYÈ a, nan lajan aktyèl la, lajan ranmase kòm devwa a chak mesye ak tout sa ke kè a yon moun ta pouse li pote lakay SENYÈ a;
2KI 12:5 kite prèt yo pran li pou yo menm, yo chak nan men a moun yo konnen. Epi yo va sèvi li pou repare donmaj nan kay la, nenpòt kote yon donmaj ta twouve.”
2KI 12:6 Men li vin rive ke nan venn-twazan pouvwa a Wa Joas la, prèt yo pa t ankò repare donmaj kay la.
2KI 12:7 Alò, Joas te rele Jehojada, prèt la ak lòt prèt yo, e li te pale yo konsa: “Poukisa ou pa repare donmaj kay la? Alò, pou koz sa a, pa pran kòb ankò nan men moun pa w yo, men pito livre li pou repare donmaj kay la.”
2KI 12:8 Pou sa, prèt yo te dakò pou yo pa t pran lajan nan men pèp la, ni fè reparasyon kay la.
2KI 12:9 Men Jehojada, prèt la te pran yon kès sere e te pèse yon twou nan tèt bwat la e te mete li akote lotèl la sou kote dwat kote moun antre nan kay SENYÈ a. Epi prèt ki te veye kote papòt la, te mete ladann tout lajan ki te mennen nan kay SENYÈ a.
2KI 12:10 Lè yo te wè ke anpil lajan te nan kès la, grefye a wa a avèk wo prèt la te vin monte, te mare li nan sak yo e te konte lajan ki te twouve nan kay SENYÈ a.
2KI 12:11 Yo te bay lajan ki te peze a, mete nan men a sila ki t ap fè travay yo, ki te responsab nan kay SENYÈ a. Konsa, yo menm te vèse bay li kòm pèyman a chapant avèk ouvriye ki t ap fè zèv travay la nan kay SENYÈ a.
2KI 12:12 Anplis yo te bay a mason yo avèk sila ki t ap taye wòch yo, pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou repare donmaj kay SENYÈ a ak tout sa ki te dispoze pou reparasyon li an.
2KI 12:13 Men yo pa t fè pou lakay SENYÈ a, anyen an ajan, tas yo, etennwa yo, bòl yo, twonpèt yo, ni veso an lò yo, ni veso an ajan yo avèk lajan ki te mennen antre lakay SENYÈ a;
2KI 12:14 paske yo te bay lajan sa a a sila ki te fè travay yo, e avèk li yo te repare lakay SENYÈ a.
2KI 12:15 Anplis, yo pa t egzije yon kontwòl kontab nan men mesye ke yo te mete lajan pou peye sila ki te fè travay yo, paske yo te fidèl.
2KI 12:16 Lajan ofrann koupab la avèk lajan ofrann peche a pa t antre lakay SENYÈ a. Li te pou prèt yo.
2KI 12:17 Alò, Hazaël, wa Syrie a, te monte goumen kont Gath e te kaptire li. Konsa, Hazaël te mete figi li vè Jérusalem.
2KI 12:18 Joas, wa Juda a, te pran tout bagay sen ke Josaphat, Joram, ak Achazia, zansèt li yo te konsakre yo ak afè sen pa li yo ak tout lò ki te twouve pami trezò lakay SENYÈ a e li te voye yo bay wa Hazaël, wa Syrie a. Epi Hazaël te kite Jérusalem.
2KI 12:19 Alò, tout lòt zèv a Joas yo avèk tout sa li te fè, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda yo?
2KI 12:20 Sèvitè li yo te leve fè yon konplo e te frape Joas lakay Millo a pandan li t ap desann kite Silla.
2KI 12:21 Paske Jozabad, fis a Shomer a, avèk Yehozabad, fis a Schimeath la, sèvitè li yo, te frape li e li te mouri. Yo te antere li avèk zansèt li yo nan vil David la e Amatsia, fis li a, te devni wa nan plas li.
2KI 13:1 Nan venn-twazyèm ane a Joas la, fis a Achazia a, wa Juda a, te devni wa sou Israël nan Samarie, e li te renye pandan di-setan.
2KI 13:2 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a e li te swiv peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. Li pa t vire kite yo menm.
2KI 13:3 Akoz sa, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël, e Li te livre yo nan men a Hazaël, wa Syrie a ak nan men a Ben-Hadad, fis a Hazaël la.
2KI 13:4 Alò, Joachaz te sipliye SENYÈ a pou fè li favè, e SENYÈ a te koute li; paske Li te wè opresyon Israël la, jan Syrie t ap oprime yo.
2KI 13:5 SENYÈ a te bay Israël yon liberatè. Konsa, yo te chape anba men Siryen yo. Konsa, fis Israël yo te viv nan tant yo, kòm oparavan.
2KI 13:6 Sepandan, yo pa t vire kite peche lakay Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo, men li te mache nan yo; epi zidòl Astarté a te toujou kanpe Samarie.
2KI 13:7 Pou sa, Li te kite pou Joachaz yon lame ki pa t plis ke senkant chevalye avèk dis cha e di-mil sòlda apye; paske wa Syrie a te detwi yo e te fè yo vin tankou pousyè vannen.
2KI 13:8 Alò tout lòt zèv a Joachaz yo, avèk tout sa li te fè ak pouvwa li, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël Yo?
2KI 13:9 Epi Joachaz te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li Samarie. Epi Joas, fis li a, te renye nan plas li.
2KI 13:10 Nan trann-setyèm ane a Joas, wa Juda a, Joas, fis a Joachaz la te devni wa sou Israël Samarie e te renye pandan sèzan.
2KI 13:11 Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t vire kite tout peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo; men li te mache ladan yo.
2KI 13:12 Alò, tout lòt zèv a Joas yo avèk tout sa ke li te fè ak pouvwa li, avèk sila li te goumen kont Amatsia, wa Juda a, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël Yo?
2KI 13:13 Konsa, Joas te dòmi avèk zansèt li yo e Jéroboam te chita sou twòn li an. Epi Joas te antere Samarie avèk wa Israël yo.
2KI 13:14 Lè Élisée te vin malad avèk maladi ki te pran lavi li a, Joas, wa Israël la, te desann kote li, e te kriye sou li e te di: “Papa mwen, O Papa mwen, men cha Israël yo avèk chevalye li yo!”
2KI 13:15 Élisée te di li: “Pran yon banza avèk flèch.” Konsa, li te pran yon Banza avèk flèch.
2KI 13:16 Alò, li te di a wa Israël la: “Mete men ou sou banza a.” Epi li te mete men l sou li e Élisée te mete men l sou men wa a.
2KI 13:17 Li te di: “Ouvri fenèt la vè lès!” Epi li te ouvri li. Alò, Élisée te di: “Tire!” Epi li te tire. Epi li te di: “Flèch viktwa SENYÈ a, menm flèch viktwa sou Syrie a; paske ou va bat Siryen yo nan Aphek jiskaske ou fin detwi yo.”
2KI 13:18 Epi li te di: “Pran flèch yo!” Epi li te pran yo. Li te di a wa Israël la: “Frape tè a!” Epi li te frape li twa fwa e te sispann.
2KI 13:19 Pou sa, nonm Bondye a te fache avèk li e te di: “Ou te dwe frape l senk oswa sis fwa; epi konsa, ou t ap frape Syrie jiskaske ou fin detwi li. Men koulye a, se sèlman twa fwa ke ou va frape Syrie.”
2KI 13:20 Élisée te mouri e yo te antere li. Alò, bann Moabit yo te fè envazyon tèritwa a nan sezon prentan ane sila a.
2KI 13:21 Pandan yo t ap antere yon mesye, men vwala, yo te wè yon bann piyajè; epi yo te jete mesye a nan tonm Élisée a. Epi lè mesye a te touche zo Élisée yo, li te resisite e te kanpe sou pye l.
2KI 13:22 Alò Hazaël, wa Syrie a, te oprime Israël pandan tout jou a Joachaz yo.
2KI 13:23 Men SENYÈ a te fè yo gras, Li te gen mizerikòd pou yo, Li te vire kote yo akoz akò ke li te gen avèk Abraham, Isaac, avèk Jacob la e Li pa t detwi yo ni jete yo deyò prezans li jis rive nan moman sa a.
2KI 13:24 Lè Hazaël, wa Syrie a te mouri, Ben-Hadad, fis li a, te devni wa nan plas li.
2KI 13:25 Epi Joas, fis a Joachaz la, te reprann vil yo soti nan men a Ben-Hadad, fis Hazaël la, vil ke papa li te pran nan lagè soti nan men a Joachaz yo, papa li a. Twa fwa Joas te bat li e te reprann vil yo ki te pou Israël yo.
2KI 14:1 Nan dezyèm ane Joas la, fis a Joachaz la, wa Israël la, Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te devni wa.
2KI 14:2 Li te gen laj a venn-senkan lè li te devni wa, e li te renye vent-nèf ane Jérusalem. Manman li te rele Joaddan, yon moun Jérusalem.
2KI 14:3 Amatsia te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm selon tout sa ke Joas, papa li te konn fè yo.
2KI 14:4 Se sèl wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo.
2KI 14:5 Alò, li te vin rive ke depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye wa a, papa li.
2KI 14:6 Men fis a sila ki te mouri yo, li pa t mete yo a lanmò, an akò avèk sa ki ekri nan liv Lalwa Moïse la, jan SENYÈ a te kòmande a lè l te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”
2KI 14:7 Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran Séla nan lagè. Li te rele li Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a.
2KI 14:8 Epi Amatsia te voye mesaje yo kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa a Israël la. Li te di: “Vini, annou parèt fasafas.”
2KI 14:9 Joas, wa Israël la, te voye kote Amatsia, wa Juda a, e te di: “Bwa pikan ki te Liban an te voye kote sèd ki te Liban an, e li te di: ‘Bay fi ou an maryaj a fis mwen an.’ Men te pase pa la yon bèt sovaj ki te Liban, e li te kraze bwa pikan an anba pye l.
2KI 14:10 Anverite, ou te bat Édom e kè ou vin plen ògèy. Rete lakay ou pou fè kè kontan. Pou ki rezon ou ta pwovoke twoub la jiskaske ou menm, ou ta tonbe, e Juda ansanm avèk ou?”
2KI 14:11 Men Amatsia te refize koute. Pou sa, wa Israël la te monte. Li menm avèk wa Juda a te parèt fasafas nan Beth-Schémesch ki pou Juda a.
2KI 14:12 Juda te bat pa Israël e yo te sove ale, yo chak nan pwòp tant pa yo.
2KI 14:13 Epi Joas, wa Israël la, te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Achazia a, nan Beth-Schémesch, li te rive Jérusalem e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Ephraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, distans a kat-san koude.
2KI 14:14 Li te pran tout lò avèk tout ajan ak tout zouti ki te twouve lakay SENYÈ a, nan trezò lakay wa a, ansanm ak kaptif yo e li te retounen Samarie.
2KI 14:15 Alò, tout lòt zèv ke Joas te fè yo, avèk pwisans li, ak jan li te goumen avèk Amatsia, wa Juda a, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël yo?
2KI 14:16 Konsa, Joas te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Samarie avèk wa Israël yo. Jéroboam, fis li a, te devni wa nan plas li.
2KI 14:17 Amatsia, fis a Joas la, Wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la.
2KI 14:18 Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa A Juda yo?
2KI 14:19 Yo te fè konplo kont li Jérusalem e li te sove ale rive Lakis. Men yo te voye dèyè li Lakis pou te touye li la.
2KI 14:20 Epi yo te mennen kò li sou cheval yo, e li te antere Jérusalem avèk zansèt li yo nan vil David la.
2KI 14:21 Tout pèp Juda a te pran Azaria, nan laj sèzan, e yo te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia.
2KI 14:22 Li te bati Élath e li te remèt li bay Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo.
2KI 14:23 Nan kenzyèm ane règn Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la te devni wa Samarie, e li te renye pandan karanteyen ane.
2KI 14:24 Li te fè mal nan zye SENYÈ a. Li pa t kite tout peche Jéroboam yo, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche yo.
2KI 14:25 Li te restore lizyè Israël la soti nan antre Hamath jis rive nan Lamè Araba, selon pawòl SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale pa sèvitè li Jonas, fis a Amitthaï a nan Gath-Hépher.
2KI 14:26 Paske SENYÈ a te wè soufrans Israël ki te tèlman anmè; paske pa t gen ni esklav, ni lib, ni pa t gen okenn moun ki pou ede Israël.
2KI 14:27 SENYÈ a pa t di ke li ta efase non Israël anba syèl la; men Li te delivre yo pa men Jéroboam, fis a Joas la.
2KI 14:28 Alò, tout lòt zèv Jéroboam yo avèk tout sa ke li te fè ak pouvwa li, jan li te goumen ak jan li te reprann pou Israël Damas avèk Hamath nan Juda, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?
2KI 14:29 Epi Jéroboam te dòmi avèk zansèt pa li yo, menm ak wa a Israël yo. Epi Zacharie, fis li a, te devni wa nan plas li.
2KI 15:1 Nan venn-setyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Azaria, fis a Amatsia a, wa Juda a, te devni wa.
2KI 15:2 Li te gen laj sèzan lè li te devni wa e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman l se te Jecolia, moun Jérusalem.
2KI 15:3 Azaria te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa li, Amatsia te fè.
2KI 15:4 Sèlman wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan sou wo plas yo.
2KI 15:5 SENYÈ a te frape wa a pou l te gen yon lalèp jis rive jou ke li te mouri an. Epi li te viv nan yon kay apa pandan fis a wa a, Jotham te nan kay la, e t ap jije pèp peyi a.
2KI 15:6 Alò, tout lòt zèv a Azaria yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo?
2KI 15:7 Epi Azaria te dòmi avèk zansèt li yo. Yo te antere li avèk papa li nan vil David la, e Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.
2KI 15:8 Nan tran-tuityèm ane Azaria, wa Juda a, Zacharie, fis a Jéroboam nan te devni wa an Israël nan Samarie pandan si mwa.
2KI 15:9 Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou zansèt li yo te fè. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.
2KI 15:10 Epi Schallum, fis a Jabesch la, te fè konplo kont li e te frape li devan pèp la pou te touye li e renye nan plas li.
2KI 15:11 Alò, tout lòt zèv a Zacharie yo, gade byen, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël Yo?
2KI 15:12 Sa se pawòl SENYÈ a te pale a Jéhu e te di: “Fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.” Epi se konsa sa te ye.
2KI 15:13 Schallum, fis a Jabesch la te devni wa nan trant-nevyèm ane a Ozias, wa Juda a e li te renye yon mwa Samarie.
2KI 15:14 Epi Menahem, fis a Gadi a te monte soti Thirtsa pou te vini Samarie, li te frape Schallum, fis a Jabesch la Samarie e li te touye li pou te devni wa nan plas li.
2KI 15:15 Alò, tout lòt zèv a Schallum yo avèk konplo li te fè yo, men vwala, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?
2KI 15:16 Epi Menahem te frape Thiphsach avèk tout moun ladann avèk lizyè li yo soti Thirtsa, akoz yo pa t ouvri pou li; pou sa, li te frape li e chire tout fanm li yo ki te ansent.
2KI 15:17 Nan trant-nèf ane a Azaria yo, wa Juda a, Menahem, fis a Gadi a, te renye sou Israël pandan dizan Samarie.
2KI 15:18 Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite pandan tout jou li yo peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.
2KI 15:19 Pul, wa Assyrie a, te vini kont peyi a e Menahem te bay Pul mil talan ajan pou men li ta kapab avèk li pou ranfòse wayòm nan anba règn pa l la.
2KI 15:20 Alò, Menahem te egzije lajan an nan men Israël, menm a tout mesye enpòtan avèk mwayen, soti nan chak moun senkant sik ajan pou peye wa Assyrie a. Konsa, wa Assyrie a te retounen e pa t rete la nan peyi a.
2KI 15:21 Alò, tout rès zak a Menahem yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?
2KI 15:22 Epi Menahem te dòmi avèk zansèt li yo e Pekachia, fis li a, te devni wa nan plas li.
2KI 15:23 Nan senkyèm ane a Azaria a, wa Juda a, Pekachia, fis a Menahem nan, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan dezan.
2KI 15:24 Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.
2KI 15:25 Alò, Pékach, fis a Remalia a, ofisye pa li a, te fè konplo kont li e te frape li Samarie nan fò kay wa a avèk Argob ak Arié; ansanm ak li, te gen senkant mesye Galaadit yo e li te touye li pou te devni wa nan plas li.
2KI 15:26 Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, men gade, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.
2KI 15:27 Nan senkann-dezyèm ane a Azaria, wa Juda a, Pékach, fis a Remalia a, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan ventan.
2KI 15:28 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.
2KI 15:29 Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi li te pote yo kaptif nan Assyrie.
2KI 15:30 Epi Osée, fis Ela a, te fè yon konplo kont Pékach, fis a Remalia a, li te frape li e te mete li a lanmò pou te devni wa nan plas li, nan ventyèm ane a Jotham, fis a Ozias la.
2KI 15:31 Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, gade byen, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.
2KI 15:32 Nan dezyèm ane a Pékach la, fis a Remalia a, wa Israël la, Jotham, fis a Ozias la, wa Juda a, te devni wa.
2KI 15:33 Li te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Non manman li se te Jeruscha, fi a Tsadok la.
2KI 15:34 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a; li te fè selon tout sa ke papa li, Ozias te fè.
2KI 15:35 Se sèlman wo plas yo ki pa t retire; pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo. Li te bati pòtay pa anwo lakay SENYÈ a.
2KI 15:36 Alò, tout lòt zèv a Jotham yo avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
2KI 15:37 Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse voye Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a kont Juda.
2KI 15:38 Epi Jotham te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David, papa zansèt li a; epi Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
2KI 16:1 Nan di-setyèm ane a Pékach, fis a Remalia a, Achaz, fis Jotham nan, wa Juda a, te devni wa.
2KI 16:2 Achaz te gen ventan lè li te devni wa, a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a, jan David te konn fè a.
2KI 16:3 Men li te mache nan chemen wa Israël yo. Li menm te fè fis li pase nan dife, tankou abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.
2KI 16:4 Li te fè sakrifis e li te brile lansan sou wo plas yo ak sou ti mòn anba chak pyebwa vèt yo.
2KI 16:5 Alò, Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte Jérusalem pou fè lagè. Yo te fè syèj sou Achaz, men yo pa t kab venk li.
2KI 16:6 Nan tan sa a Retsin, wa Syrie a, te reprann Élath pou Syrie e li te netwaye retire Jwif yo nèt nan Élath. Epi Siryen yo te vini Élath e yo rete la jis rive jodi a.
2KI 16:7 Konsa, Achaz te voye mesaje yo kote Tiglath-Piléser, wa Assyrie a. Li te di: “Mwen se sèvitè ou ak fis ou; vin delivre mwen soti nan men a wa Syrie a, avèk men a wa Israël la k ap fè soulèvman kont mwen.”
2KI 16:8 Achaz te pran ajan avèk lò ki te twouve lakay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a pou te voye yon kado bay wa Assyrie a.
2KI 16:9 Konsa, wa Assyrie a te koute li, epi wa Assyrie a te monte kont Damas pou te kaptire li. Li te pote pèp li a deyò an egzil nan Kir, e li te mete Retsin a lanmò.
2KI 16:10 Alò, Wa Achaz te ale kote Damas pou rankontre Tiglath-Piléser, wa Assyrie, e li te wè lotèl ki te Damas la. Konsa, Wa Achaz te voye bay Urie, prèt la, plan lotèl la avèk yon modèl li, selon tout mendèv pa li.
2KI 16:11 Konsa, Urie, prèt la te bati yon lotèl selon tout sa ke Wa Achaz te voye soti Damas, e konsa Urie, prèt la, te fè li, avan wa Achaz te vini soti Damas.
2KI 16:12 Lè wa a te antre sòti Damas, wa a te wè lotèl la. Alò, wa a te pwoche lotèl la e te fè ofrann sou li.
2KI 16:13 Li te brile ofrann brile li a avèk ofrann sereyal la, li te vide ofrann bwason li an e li te flite san a ofrann lapè li yo sou lotèl la.
2KI 16:14 Lotèl bwonz lan, ki te devan SENYÈ a, li te mennen soti devan kay la, soti nan antre lotèl pa li a, lakay Senyè a e li te mete li sou kote nò lotèl pa li a.
2KI 16:15 Epi Wa Achaz te kòmande Urie, prèt la, e li te di: “Sou gran lotèl la, brile ofrann brile maten an ak ofrann sereyal aswè a; epi ofrann brile wa a avèk ofrann sereyal pa li a, avèk ofrann brile a tout pèp peyi a avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo; epi flite sou li tout san a ofrann brile a e tout san a sakrifis la. Men lotèl bwonz lan va sèlman pou mwen pou m kab mande konsèy ladann.
2KI 16:16 Pou sa, Urie, prèt la, te fè tout bagay selon sa ke Wa Achaz te kòmande a.”
2KI 16:17 Alò, Wa Achaz te koupe retire arebò a baz yo e li te retire basen lave a sou yo. Li te osi desann lanmè a soti sou bèf bwonz ki te anba li yo, e li te mete li sou yon pave an wòch.
2KI 16:18 Li te retire osi chemen machpye Saba a ke yo te bati nan kay la e antre eksteryè a wa a, li te retire li soti lakay SENYÈ a akoz wa Assyrie a.
2KI 16:19 Alò, tout lòt zèv Achaz te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo?
2KI 16:20 Konsa, Achaz te dòmi avèk zansèt pa li yo, e li te antere avèk zansèt pa li yo nan lavil David la. Fis li, Ézéchias, te renye nan plas li.
2KI 17:1 Nan douzyèm ane Achaz, wa Juda a, Osée, fis a Éla a te vin wa sou Israël nan Samarie, e li te renye pandan nèf ane.
2KI 17:2 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, men pa tankou wa Israël ki te avan li yo.
2KI 17:3 Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont li, Osée te devni sèvitè li e te peye li taks obligatwa.
2KI 17:4 Men wa Assyrie a te jwenn konplo nan Osée, ki te konn voye mesaje kote So, wa Égypte la, e li pa t prezante taks a wa Assyrie a jan li te konn fè ane pa ane a. Pou koz sa a, wa Assyrie a te fèmen li nan prizon byen mare.
2KI 17:5 Epi wa Assyrie te fè envazyon tout peyi a e li te monte Samarie pou te fè syèj li pandan twazan.
2KI 17:6 Nan nevyèm ane Osée a, wa Assyrie a te kaptire Samarie, li te pote pèp Israël la an egzil nan Assyrie, e li te fè yo rete Chalach avèk Chabor sou rivyè Gozan an ak nan vil a Medi yo.
2KI 17:7 Alò, sa te vin rive akoz fis Israël yo te peche kont SENYÈ pa yo a ki te mennen fè yo sòti nan peyi Égypte la anba men Farawon, wa Égypte la. Yo te gen lakrent lòt dye yo,
2KI 17:8 epi yo te mache selon koutim a lòt nasyon yo ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo nan movèz abitid ke wa Israël yo te etabli yo.
2KI 17:9 Fis Israël yo te fè bagay an sekrè ki pa t bon kont SENYÈ a, Bondye pa yo a. Anplis, yo te bati pou kont yo wo plas nan tout vil pa yo soti nan fò kay gad yo jis rive nan vil fòtifye yo.
2KI 17:10 Yo te plase pou kont yo pilye sakre yo avèk poto Astarté yo sou chak ti mòn e anba chak pyebwa vèt,
2KI 17:11 epi la, yo te brile lansan sou tout wo plas yo jis jan nasyon ke SENYÈ a te pote fè ale an egzil yo te konn fè avan yo. Yo te fè bagay mal ki te pwovoke SENYÈ a.
2KI 17:12 Yo te sèvi zidòl, selon sila SENYÈ a te di yo: “Ou pa pou fè bagay sa a.”
2KI 17:13 Sepandan, SENYÈ a te avèti Israël avèk Juda pa tout pwofèt Li yo ak tout konseye Li yo. Li te di: “Vire kite move wout sa yo e kenbe kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, selon tout lalwa a avèk sila Mwen te kòmande zansèt nou yo e ke m te voye bannou pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo.”
2KI 17:14 Sepandan, yo pa t koute, men yo te fè tèt di tankou zansèt pa yo, ki pa t kwè nan SENYÈ a, Bondye pa yo a.
2KI 17:15 Yo te rejte règleman pa Li yo avèk akò ke Li te fè avèk zansèt pa yo avèk avètisman sa yo, avèk sila li te avèti yo. Epi yo te swiv foli yo, e yo te vin plen ògèy. Yo te kouri apre nasyon ki te antoure yo, selon sila SENYÈ a te kòmande yo pa fè tankou yo.
2KI 17:16 Yo te bliye nèt tout kòmandman a SENYÈ a, Bondye pa yo a e yo te fè pou kont yo imaj fonn a ti bèf yo menm, te fè yon Astarté, yo te adore tout lame selès la e yo te sèvi Baal.
2KI 17:17 Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li.
2KI 17:18 Pou sa, SENYÈ a te byen fache avèk Israël e Li te retire yo devan zye Li. Okenn moun pa t rete sof tribi Juda a.
2KI 17:19 Anplis, Juda pa t kenbe kòmandman SENYÈ a, Bondye pa yo a, men te mache nan koutim ke Israël te etabli yo.
2KI 17:20 SENYÈ a te rejte tout desandan a Israël yo. Li te aflije yo e Li te livre yo nan men a piyajè jiskaske Li te jete yo deyò vizaj Li.
2KI 17:21 Lè Li te fin chire Israël fè l sòti lakay David la, yo te fè Jéroboam, fis Nebath la, wa. Epi Jéroboam te bourade kondwi Israël pou l pa swiv SENYÈ a e li te fè yo fè yon gwo peche.
2KI 17:22 Fis a Israël yo te mache nan tout peche ke Jéroboam te fè yo. Yo pa t kite yo
2KI 17:23 jiskaske SENYÈ a te retire Israël soti devan vizaj Li, jan Li te pale pa tout sèvitè Li yo, pwofèt yo. Konsa, Israël te pote lwen an egzil soti nan pwòp peyi pa yo pou Assyrie jis rive jou sa a.
2KI 17:24 Wa a Assyrie a te mennen moun soti Babylone, Cutha, ak Avva pou Hamath, ak Sepharvaïm, e li te etabli yo nan vil Samarie yo pou ranplase fis Israël yo. Konsa, yo te posede Samarie e yo te viv nan vil pa li yo.
2KI 17:25 Lè yo te kòmanse viv la, yo pa t gen lakrent SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te voye lyon pami yo ki te touye kèk nan yo.
2KI 17:26 Akoz sa, yo te pale avèk wa Assyrie. Yo te di li: “Nasyon sa yo ke ou te pote ale an egzil nan lavil Samarie yo pa konnen koutim a dye nan peyi a. Pou sa, li te voye lyon pami yo, e tande byen, yo touye yo akoz yo pa konnen koutim a dye nan peyi a.”
2KI 17:27 Alò, wa Assyrie a te fè kòmand e te di: “Mennen la youn nan prèt ke ou te pote an egzil yo e kite li ale viv la. Epi kite li enstwi yo koutim a dye peyi a.”
2KI 17:28 Konsa, youn nan prèt ke yo te pote ale an egzil soti Samarie yo te vin viv Béthel, e li te enstwi yo jan yo te dwe gen lakrent SENYÈ a.
2KI 17:29 Men chak nasyon te toujou fè dye pa li e te mete yo lakay yo sou wo plas ke pèp Samarie a te konn fè yo, chak nasyon nan vil pa yo kote yo te viv la.
2KI 17:30 Moun Babylone yo te fè Succoth-Benoth, moun Cuth yo te fè Nergal e moun Hamath yo te fè Aschima.
2KI 17:31 Moun Avva yo te fè Nibchaz avèk Tharthak; sila nan Sepharvaïm yo te brile pitit pa yo nan dife pou onore Adrammélec avèk Anamélec, dye a Sepharvaïm yo.
2KI 17:32 Yo te gen lakrent osi a SENYÈ a, e yo te chwazi pami yo menm prèt a wo plas yo, ki te aji pou yo nan kay wo plas yo.
2KI 17:33 Yo te krent SENYÈ a e osi, yo te sèvi dye pa yo selon koutim a nasyon pami sila yo te pote ale an egzil yo.
2KI 17:34 Jis rive jou sa a, yo fè selon ansyen koutim yo: yo pa krent SENYÈ a, ni yo pa swiv règleman pa Li yo ni òdonans, ni lalwa a, ni kòmandman ke SENYÈ a te kòmande fis a Jacob yo, ke li te bay non Israël yo;
2KI 17:35 avèk sila SENYÈ a te fè yon akò. Li te kòmande yo e te di: “Nou p ap gen krent lòt dye yo, ni bese nou menm ba devan yo, ni sèvi yo ni fè sakrifis a yo.
2KI 17:36 Men SENYÈ a, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon bra lonje, a Li menm nou va gen krent. A Li menm, nou va bese ba e a Li menm, nou va fè sakrifis.
2KI 17:37 Règleman avèk òdonans avèk lalwa ak kòmandman ke Li te ekri pou nou yo, nou va obsève pou fè yo jis pou tout tan. Nou p ap fè lakrent lòt dye yo.
2KI 17:38 Akò ke m te fè avèk nou an, nou p ap bliye li, ni nou p ap gen lakrent lòt dye yo.
2KI 17:39 Men SENYÈ a, Bondye nou an, nou va krent Li. Epi Li va delivre nou soti nan men a tout lènmi pa nou yo.”
2KI 17:40 Sepandan, yo pa t tande; men yo te fè selon abitid pa yo.
2KI 17:41 Pou sa, malgre nasyon sila yo te gen lakrent SENYÈ a, yo osi te sèvi zidòl pa yo. Pitit pa yo tou ak pitit pitit pa yo, jis jan ke zansèt pa yo te konn fè; konsa, yo fè jis rive jodi a.
2KI 18:1 Alò, li te vin rive nan twazyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la ke Ézéchias, fis Achaz la, wa Juda a, te devni wa a.
2KI 18:2 Li te gen venn-senkan lè l te devni wa e li te renye pandan vent-nèf ane Jérusalem. Non manman li se te Abi, fi a Zacharie a.
2KI 18:3 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke zansèt li yo, David te konn fè.
2KI 18:4 Li te retire wo plas yo, li te kraze pilye sakre yo, e li te koupe desann Astarté la. Anplis, li te kraze an mòso sèpan an bwonz ke Moïse te fè a, paske jis rive nan jou sa yo, fis Israël yo te konn brile lansan pou li; epi li te rele Nehuschtan.
2KI 18:5 Li te mete konfyans li nan SENYÈ a, Bondye Israël la, jiskaske, apre li, pa t gen tankou li nan tout wa Juda yo, ni nan sila ki te avan l yo.
2KI 18:6 Paske li te kenbe fèm a SENYÈ a. Li pa t varye nan swiv Li, men li te kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.
2KI 18:7 Epi SENYÈ a te avèk li. Nenpòt kote li te ale, li te reyisi. Li te fè rebèl kont wa a Assyrie a e li pa t sèvi li.
2KI 18:8 Li te venk Filisten yo soti rive nan Gaza avèk tèritwa li, soti nan tou kay gad yo, jis rive nan gwo vil fòtifye a.
2KI 18:9 Alò, nan katriyèm ane Wa Ézéchias la, ki te setyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la, Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont Samarie, e te fè syèj kont li.
2KI 18:10 Nan fen twazan, yo te kaptire li, epi nan sizyèm ane Ézéchias la, ki te nan nevyèm ane Osée a, wa Israël la, Samarie te vin kaptire.
2KI 18:11 Konsa, wa Assyrie a te pote Israël ale an egzil nan Assyrie, e li te mete yo nan Chalach sou rivyè Gozan nan vil a Mèdes yo,
2KI 18:12 paske yo pa t obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye pa yo a, men yo te transgrese akò pa Li a, menm tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande yo. Yo pa t koute yo, ni fè yo.
2KI 18:13 Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias, Sanchérib la, wa Assyrie a te vin monte kont tout vil fòtifye Juda yo, e li te sezi yo.
2KI 18:14 Alò, Ézéchias, wa Juda a te voye kote wa Assyrie a nan Lakis. Li te di: “Mwen te fè mal. Rale bak sòti sou mwen; nenpòt sa ke ou mande m peye, m ap sipòte l.” Pou sa, wa Assyrie a te fè demand a Ézéchias pou peye twa san talan ajan avèk trant talan lò.
2KI 18:15 Ézéchias te bay tout ajan ki te twouve nan kay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a.
2KI 18:16 Nan tan sa a, Ézéchias te koupe retire lò nan pòt tanp SENYÈ a, avèk chanbrann pòt ke Ézéchias, wa Juda a, te kouvri a e li te bay li a wa Assyrie a.
2KI 18:17 Epi wa Assyrie a te voye Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal soutèren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la.
2KI 18:18 Lè yo te rele wa a, Élikiam, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la ak Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te parèt kote yo.
2KI 18:19 Epi Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias: ‘Konsa pale gran wa a, wa Assyrie a: “Ki kalite konfyans sa ke ou genyen an?
2KI 18:20 Ou di nou (malgre se pawòl vid yo ye): ‘Mwen gen konsèy avèk pwisans pou fè lagè.’ Alò, sou kilès ou depann, pou ou vin fè rebèl kont mwen an?
2KI 18:21 Alò, veye byen, ou depann de baton a wozo kraze sa a, sou Égypte menm. Sou sila si yon nonm apiye, l ap fonse antre nan men l e pèse l nèt. Se konsa, Farawon va ye pou tout sila ki depann de li yo.
2KI 18:22 Men si ou di mwen: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, se pa li menm pou sila Ézéchias te retire wo plas avèk lotèl yo, e ki te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan lotèl sa a Jérusalem?’
2KI 18:23 Pou sa, vini, fè yon antant avèk mèt mwen, wa a Assyrie a, e mwen va ba ou de mil cheval, si ou kab menm mete moun sou do yo.
2KI 18:24 Kijan ou kab reziste a menm youn nan pi piti a sèvitè mèt mwen yo e depann de Égypte pou cha ak chevalye?
2KI 18:25 Èske se san soutyen SENYÈ a ke m vin monte kont plas sa a pou detwi li? SENYÈ a te di m ‘Monte kont plas sa a pou detwi l.’”’”
2KI 18:26 Alò Éliakim, fis a Hilkija a, avèk Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Pale koulye a a sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale avèk nou an Jideyen nan zòrèy a moun ki sou mi yo.”
2KI 18:27 Men Rabschaké te di yo: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt pa w la pou pale pawòl sila yo, pa pou mesye ki chita sou mi yo, ki va manje pwòp watè pa yo e bwè dlo pipi pa yo ansanm avè w?”
2KI 18:28 Epi Rabschaké te kanpe, li te kriye avèk yon vwa fò an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl gran wa a, wa Assyrie a!
2KI 18:29 Konsa pale wa a! ‘Pa kite Ézéchias twonpe nou, paske li p ap kab delivre nou pou sòti nan men m.
2KI 18:30 Ni pa kite Ézéchias mennen nou pou mete konfyans nan SENYÈ a, pou l di: “SENYÈ a va anverite delivre nou, e vil sa a p ap livre nan men a gran wa a Assyrie a.”
2KI 18:31 Pa koute Ézéchias.’ Paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè nou avèk mwen e sòti vin kote mwen. Manje nou chak nan pwòp chan rezen pa nou, nou chak pye fig mi etranje pa nou e nou chak nan pwòp dlo sitèn pa nou,
2KI 18:32 jiskaske mwen rive pou pran nou ale nan yon lòt peyi, yon peyi ak sereyal avèk diven nèf, yon peyi avèk bwa doliv ak siwo myèl, pou nou kapab viv e pa mouri.’ Men pa koute Ézéchias lè li mal dirije nou pou di: ‘SENYÈ a va delivre nou.’
2KI 18:33 Èske okenn nan dye a peyi sila yo te delivre peyi pa yo a devan men wa a Assyrie a?
2KI 18:34 Kote dye a Hamath yo oswa Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo, oswa Héna avèk Ivva yo? Èske yo te delivre Samarie pou l sòti nan men m?
2KI 18:35 Kilès pami tout dye a peyi yo ki te delivre peyi pa yo devan men m, pou SENYÈ a ta dwe delivre Jérusalem soti nan men m?”
2KI 18:36 Men pèp la te rete an silans e pa t reponn menm yon mo; paske lòd a wa a se te “Pa reponn li”.
2KI 18:37 Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te vin kote Ézéchias avèk rad yo tou chire pou te pale li pawòl a Rabschaké yo.
2KI 19:1 Lè Ézéchias te tande sa, li te chire rad li. Li te kouvri kò li avèk twal sak e li te antre lakay SENYÈ a.
2KI 19:2 Epi li te voye Éliakim ki te sou tout kay avèk Schebna, grefye a ak ansyen pami prèt yo, kouvri avèk twal sak kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la.
2KI 19:3 Yo te di li: “Konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo twoub, chatiman, ak abandon; pwiske pitit yo vin parèt pou akouche, men pa gen fòs pou fè l.
2KI 19:4 Petèt SENYÈ a, Bondye ou a, va tande tout pawòl a Rabschaké yo ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye Vivan an e va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande a. Pou sa, ofri lapriyè pou retay ki toujou rete a.’”
2KI 19:5 Pou sa, sèvitè a wa Ézéchias yo te vin kote Ésaïe.
2KI 19:6 Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale a mèt nou an: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Pa krent akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo te blasfeme Mwen yo.
2KI 19:7 Veye byen, mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon fo nouvèl pou retounen nan pwòp peyi pa li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.”’”
2KI 19:8 Alò, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna; paske li te tande ke li te fin kite Lakis.
2KI 19:9 Lè l te tande sa pa Tirhaka, wa Ethiopie a, vwala, li vin parèt pou goumen kont ou, li te ankò voye mesaje yo kote Ézéchias e te di:
2KI 19:10 “Konsa ou va pale a Ézéchias, wa Juda a, ‘Pa kite Bondye ou a nan Sila ou mete konfyans ou an twonpe ou e di: “Jérusalem p ap antre nan men a wa Assyrie a.”
2KI 19:11 Gade byen, ou konn tande sa ke wa Assyrie a te fè a tout peyi yo, destriksyon konplèt. Èske se konsa ke ou va delivre a?
2KI 19:12 Èske dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo te detwi yo, te delivre yo, menm? Gozan, Charan, Retseph, avèk fis a Éden ki te Telassar yo?
2KI 19:13 Kibò wa Hamath la ye, wa Arpad la, wa gran vil Sepharvaïm nan, Henna, avèk Ivva?’”
2KI 19:14 Alò, Ézéchias te pran lèt la soti nan men a mesaje yo e li te li li. Li te monte lakay SENYÈ a, e li te louvri li devan SENYÈ a.
2KI 19:15 Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a.
2KI 19:16 Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye pou repwoche Bondye Vivan an.
2KI 19:17 Anverite, O SENYÈ, wa Assyrie yo te devaste nasyon yo avèk peyi pa yo,
2KI 19:18 epi yo te jete dye pa yo nan dife, paske se pa dye yo ye, men se zèv a men lèzòm yo, bwa avèk wòch. Pou sa, yo te detwi yo.
2KI 19:19 Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”
2KI 19:20 Epi Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te priye a Mwen pou Sanchérib, wa Assyrie a, Mwen te tande.”
2KI 19:21 Sa se pawòl ke SENYÈ a te pale kont li an: “Li te meprize ou e moke ou, Fi vyèj a Sion an. Li te souke tèt li dèyè do ou, Fi a Jérusalem nan!
2KI 19:22 Se kilès ou te repwoche e blasfeme a? Epi kont kilès ou te leve vwa ou a, avèk ògèy, ou te leve zye ou? Kont Sila ki Sen a Israël la?
2KI 19:23 Pa mesaje ou yo, ou te repwoche SENYÈ a. Ou te di: “Avèk anpil cha mwen yo, mwen te rive sou wotè a mòn yo. Jis rive nan kote pi izole nan Liban an, mwen va koupe gwo bwa sèd li yo, avèk bwa pichpen pi chwazi li yo. Epi mwen va antre jis nan lojman pi izole yo, nan pi gran rakbwa ki te genyen yo.
2KI 19:24 Mwen te fouye pwi yo e te bwè dlo etranje li yo, Epi avèk pla pye mwen, mwen te seche tout rivyè Égypte yo.”
2KI 19:25 Èske ou pa t tande? Depi lontan Mwen te fè l; Depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye l. Koulye a, Mwen gen tan fè l vin rive, ke ou ta fè vil fòtifye yo vin pil ranblè.
2KI 19:26 Pou sa, abitan pa yo te manke fòs. Yo te deranje e te vin wont nèt. Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt, tankou zèb sou twati kay ki vin brile avan li kab grandi.
2KI 19:27 Men M konnen chita ou, sòti avèk antre pa ou, ak laraj ke ou konn fè kont Mwen.
2KI 19:28 Epi akoz laraj ou kont Mwen, akoz awogans ou vin monte nan zòrèy Mwen, pou sa, mwen va mete zen Mwen nan nen ou, ak brid Mwen, pou antre nan lèv ou, epi Mwen va vire ou fè ou fè bak pa menm chemen ke ou te antre a.”
2KI 19:29 “Epi sa va sign lan pou ou: Ou va manje nan lane sila a sa ki grandi pou kont li, nan dezyèm ane a, sa ki sòti menm jan an konsa e nan twazyèm ane a, ou va simen, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi pa yo.
2KI 19:30 Retay ki chape lakay Juda a va ankò pran rasin k ap pouse pa anba pou bay fwi pa anlè.
2KI 19:31 Paske depi Jérusalem, va vin sòti yon retay e sòti nan Mòn Sion, sila ki chape yo. Zèl SENYÈ a va acheve sa.”
2KI 19:32 “Pou sa, pale SENYÈ a selon wa Assyrie a: ‘Li p ap rive nan vil sila a, ni tire yon flèch la. Li p ap rive devan li avèk yon boukliye, ni monte yon ran syèj kont li.
2KI 19:33 Pa menm chemen ke li te antre a, pa li menm, li va retounen e li p ap rive nan vil sila a’, deklare SENYÈ a.
2KI 19:34 ‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou koz Mwen menm ak pou koz sèvitè mwen an, David.’”
2KI 19:35 Epi li te vin rive menm nwit sa a ke zanj SENYÈ a te sòti e te frape san-katre-ven-senk-mil moun nan kan Asiryen yo. Lè moun yo te leve granmmaten, men vwala, yo tout te mouri.
2KI 19:36 Pou sa, Sanchérib, wa Assyrie a, te sòti e te retounen lakay li pou te rete Ninive.
2KI 19:37 Konsa, li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc la, dye pa li a, ke Adrammélec avèk Scharetser te touye li avèk nepe, epi yo te chape nan peyi Ararat. Epi Ésar-Haddon, fis li a, te devni wa nan plas li.
2KI 20:1 Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Mete lakay ou an lòd; paske ou va mouri e ou p ap viv.’”
2KI 20:2 Konsa, Ézéchias te vire figi li vè miray la pou te priye a SENYÈ a. Li te di:
2KI 20:3 “Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.
2KI 20:4 Avan Ésaïe te sòti nan mitan vil la, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di:
2KI 20:5 “Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: “Mwen te tande lapriyè pa w la. Mwen te wè dlo ki sòti nan zye ou a. Men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a.
2KI 20:6 Mwen va mete kenzan sou lavi ou e mwen va delivre ou avèk vil sa a soti nan men a wa Assyrie. Mwen va defann vil sa a pou koz pa Mwen ak pou koz David, sèvitè Mwen an.”’”
2KI 20:7 Konsa, Ésaïe te di: “Pran yon gato figye etranje.” Yo te pran l e te mete li sou apse a, e li te vin refè.
2KI 20:8 Alò, Ézéchias te di a Ésaïe: “Ki sign ki va parèt ke SENYÈ a va geri mwen, e ke mwen va monte lakay SENYÈ a nan twazyèm jou a?”
2KI 20:9 Ésaïe te di: “Sa va sign a ou menm soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay ke li te pale a: èske ou pito lonbraj la avanse dis pa, oswa fè bak dis pa?”
2KI 20:10 Alò, Ézéchias te reponn: “Li tèlman fasil pou lonbraj la avanse dis pa. Men non, kite li fè bak dis pa.”
2KI 20:11 Ésaïe, pwofèt la, te kriye a SENYÈ a, e Li te fè lonbraj la fè bak dis pa sou eskalye a sou sila li te avanse nan eskalye Achaz la.
2KI 20:12 Nan tan sa a, Berodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylone nan, te voye lèt avèk yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke Ézéchias te konn malad.
2KI 20:13 Ézéchias te koute yo e montre yo tout kay trezò li a, ajan avèk lò, epis avèk lwil presye, lakay boukliye li yo avèk tout sa ki te konn twouve nan trezò li yo. Pa t gen anyen lakay li ni nan tout wayòm li a ke li pa t montre yo.
2KI 20:14 Alò, pwofèt la, Ésaïe, te vin kote Ézéchias. Li te mande li: “Kisa mesye sila yo te di e depi kibò yo sòti pou rive kote ou a?” Epi Ézéchias te di: “Yo sòti nan yon peyi lwen, nan Babylone.”
2KI 20:15 Li te di: “Kisa yo te wè lakay ou a?” Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke m pa t montre yo.”
2KI 20:16 Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande pawòl SENYÈ a.
2KI 20:17 ‘Veye byen, jou yo ap vini lè tout sa ki lakay ou avèk tout sa ke zansèt ou yo te mete an depo jis rive jou sa a va pote ale Babylone. Anyen p ap rete, pale SENYÈ a.
2KI 20:18 Kèk nan fis ou yo ki va sòti nan ou menm, ke ou va fè, va retire ale; epi yo va devni ofisye nan palè a wa Babylone nan.’”
2KI 20:19 Alò Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ a ke ou te bay la bon.” Paske li te reflechi: “Èske se pa sa, ap gen lapè avèk verite nan jou mwen yo?”
2KI 20:20 Alò, tout lòt zèv a Ézéchias yo avèk tout pwisans li ak jan li te fè sous dlo a avèk kanal ki te mennen dlo a nan vil la, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
2KI 20:21 Konsa, Ézéchias te dòmi avèk zansèt li yo e Manassé, fis li a, te devni wa nan plas li.
2KI 21:1 Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a e li te renye senkann-senk ane Jérusalem. Manman li te rele Hephtsiba.
2KI 21:2 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te rache devan fis Israël yo.
2KI 21:3 Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo, epi li te monte lotèl pou Baal yo, e li te fè yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te fè pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo.
2KI 21:4 Li te bati lotèl lakay SENYÈ a, sou sila SENYÈ a te di: “Nan Jérusalem, Mwen va mete non Mwen.”
2KI 21:5 Li te bati lotèl pou tout lame syèl la nan de lakou lakay SENYÈ a.
2KI 21:6 Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.
2KI 21:7 Anplis, li te plase imaj a Astarté ke li te fè a, nan kay ke SENYÈ a te di a David avèk fis li a, Salomon: “Nan kay sila a ak Jérusalem nan, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan.
2KI 21:8 Epi mwen p ap fè pye Israël mache egare ankò deyò peyi ke m te bay a zansèt yo a, si sèlman, yo va obsève pou fè selon tout sa ke M te kòmande yo, selon tout lalwa ke sèvitè Mwen an, Moïse te kòmande yo.”
2KI 21:9 Men yo pa t koute e Manassé te sedwi yo pou fè mal plis ke nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.
2KI 21:10 Alò, SENYÈ a te pale pa sèvitè yo, pwofèt yo, e te di:
2KI 21:11 “Akoz Manassé, wa Juda a, te fè abominasyon sila yo, e te fè plis mechanste pase tout Amoreyen ki te avan li yo, e anplis, li te fè Juda peche avèk zidòl pa li yo;
2KI 21:12 pou sa, konsa pale SENYÈ, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen yon tèlman gwo twoub sou Jérusalem avèk Juda, pou nenpòt moun ki tande koz li, toude zòrèy li va sonnen avèk sezisman.
2KI 21:13 Mwen va fè lonje sou Jérusalem lizyè Samarie a, avèk fil aplon kay Achab la, e Mwen va siye Jérusalem jan yon moun ta siye yon plato. Konsa m ap siye li e vire li tèt anba.
2KI 21:14 Mwen va abandone retay eritaj Mwen an e Mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va vin piyaje e depouye pa tout lènmi yo,
2KI 21:15 akoz yo te fè mal devan zye Mwen e te pwovoke Mwen a lakòlè soti jou ke zansèt pa yo te sòti an Égypte la, menm rive jodi a.’”
2KI 21:16 Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt. Li te fè sa, anplis, peche pa li avèk sila li te fè Juda peche nan fè mal devan zye SENYÈ a.
2KI 21:17 Alò, tout lòt zèv a Manassé yo avèk tout sa ke li te fè ak peche ke li te komèt yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
2KI 21:18 Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
2KI 21:19 Amon te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye dezan Jérusalem. Manman li te rele Meschullémeth, fi a Haruts la, nan Jotba.
2KI 21:20 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, jan Manassé, papa li te konn fè a.
2KI 21:21 Paske li te mache nan tout chemen ke papa li te konn mache yo, e li te sèvi zidòl ke papa li te konn sèvi, e te adore yo.
2KI 21:22 Konsa, li te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo, e li pa t mache nan chemen SENYÈ a.
2KI 21:23 Sèvitè a Amon yo te fè konplo kont li e yo te touye wa a nan pwòp kay li.
2KI 21:24 Alò, pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.
2KI 21:25 Alò, tout lòt zèv ke Amon te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
2KI 21:26 Li te antere nan tonm pa li nan jaden Uzza a e Josias, fis li a, te devni Wa nan plas li.
2KI 22:1 Josias te gen laj uitan lè l te vin wa a e li te renye tranteyen ane Jérusalem. Non manman li te Jedida, fi Adaja a nan Botskath.
2KI 22:2 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a e li te mache nan tout chemen a zansèt papa li a, David, ni li pa t vire akote ni adwat, ni agoch.
2KI 22:3 Alò, nan di-zuityèm ane Wa Josias la, wa a te voye Schaphan, fis a Atsalia a, fis a Meschullam nan, skrib la, lakay SENYÈ a. Li te di:
2KI 22:4 “Monte kote Hilkija, wo prèt la, pou li kapab kontwole lajan ki antre lakay SENYÈ a, lajan ke gadyen pòtay yo te ranmase soti nan pèp la.
2KI 22:5 Kite yo livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a e kite yo bay li a ouvriye ki lakay SENYÈ a pou repare donmaj nan kay la;
2KI 22:6 pou chapant yo, konstriktè yo avèk mason yo e pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou fè reparasyon kay la.
2KI 22:7 Sèlman, nou p ap fè kontabilite pou lajan ki livre nan men yo, paske yo aji an bòn fwa.”
2KI 22:8 Alò, Hilkija, wo prèt la, te di a Schaphan, skrib la: “Mwen te twouve liv lalwa a lakay SENYÈ a.” Konsa, Hilkija te bay liv la a Schaphan ki te li li.
2KI 22:9 Schaphan, skrib la, te rive kote wa a. Li te pote pawòl la kote wa a, e li te di: “Sèvitè ou yo te vide lajan ki te twouve nan kay la e yo te livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a.”
2KI 22:10 Anplis, Schaphan, skrib la, te pale wa a e te di: “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li li nan prezans a wa a.
2KI 22:11 Lè wa a te tande pawòl a liv lalwa a, li te chire rad li.
2KI 22:12 Epi wa a te kòmande Hilkija, prèt la, Achikam fis a Schaphanb la, Acbor, fis a Michée a, a Schaphan, skrib la e a Asaja, sèvitè wa a:
2KI 22:13 “Ale mande a SENYÈ a pou mwen avèk pèp la ak tout Juda selon pawòl a liv sa a ki te twouve a. Paske gran se kòlè SENYÈ a ki brile kont nou, akoz zansèt papa nou yo pa t koute pawòl a liv sa a, pou fè selon tout sa ki ekri konsènan nou.”
2KI 22:14 Pou sa, Hilkija, prèt la, Achikam, Acbor, Schaphan e Asaja te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thikva a, fis a Harhas la, ki te an chaj vètman yo. (Alò, li te rete Jérusalem nan Katye Second lan). Yo te pale avèk li.
2KI 22:15 Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Pale nonm ki te voye ou kote mwen an,
2KI 22:16 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va pote malè sou plas sa a ak sou sila ki rete ladann yo, menm tout pawòl a liv sa a ke wa Juda te di yo.
2KI 22:17 Akoz yo te abandone Mwen e te brile lansan a lòt dye yo pou yo ta kab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv men pa yo; pou sa, gran lakòlè Mwen va brile kont plas sa a, e li p ap etenn.”’
2KI 22:18 Men pou wa Juda a, ki te voye ou pou mande a SENYÈ a, konsa ou va pale ak li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘selon pawòl ke ou te tande yo:
2KI 22:19 Akoz kè ou te vin mou e ou te imilye ou devan SENYÈ a lè ou te tande sa Mwen te pale kont plas sa a ak kont sila ki rete ladann yo, pou yo ta devni yon dezolasyon ak yon malediksyon, epi akoz ou te chire rad ou e te kriye devan Mwen, anverite, Mwen te tande ou,’ deklare SENYÈ a.
2KI 22:20 Pou sa, byen gade, Mwen va ranmase ou a zansèt pa ou yo e ou va ranmase rive nan tonm pa ou a anpè. Zye ou p ap wè tout mal ke Mwen va mennen sou plas sa a.” Konsa, yo te mennen pote pawòl la bay wa a.
2KI 23:1 Alò wa a te voye rasanble vè li menm tout ansyen Juda ak Jérusalem yo.
2KI 23:2 Wa a te monte kote kay SENYÈ a ak tout mesye Juda yo, tout moun ki te rete Jérusalem avèk li yo, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la, ni gran, ni piti; epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl a liv akò a ki te twouve lakay SENYÈ a.
2KI 23:3 Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.
2KI 23:4 Konsa, wa a te kòmande Hilkija, wo prèt la e prèt a dezyèm lòd yo avèk gadyen pòtay yo pou mennen fè sòti deyò nan tanp SENYÈ a tout veso ki te fèt pou Baal yo, pou Astarté ak pou tout lame syèl la. Konsa, li te brile yo deyò Jérusalem nan chan Cédron an e li te pote sann yo jis rive Béthel.
2KI 23:5 Li te mete deyò tout prèt zidòl ke wa Juda yo te chwazi pou brile lansan nan wo plas yo nan vil Juda yo ak nan andwa Jérusalem yo. Anplis, sila ki te brile lansan a Baal yo, a solèy la, lalin nan, avèk tout gwoup zetwal yo ak tout lame syèl yo.
2KI 23:6 Li te fè mete deyò Astarté a soti lakay SENYÈ a rive Jérusalem nan flèv Cédron an, li te moulen l an poud nèt e li te jete pousyè a nan simityè a pèp la.
2KI 23:7 Osi, li te kraze kay mal pwostitiye sakre ki te lakay SENYÈ a, kote fanm t ap trese bagay yo kwoke pou Astarté yo.
2KI 23:8 Epi li te mennen tout prèt yo soti nan tout vil Juda yo, e li te souye wo plas kote prèt yo te konn brile lansan yo, soti Guéba jis rive Beer-Schéba. Li te kraze wo plas pòtay ki te nan antre pòtay Josué a, majistra vil la, ki te bò kote goch pòtay lavil la.
2KI 23:9 Sepandan, prèt wo plas yo pa t monte nan lotèl SENYÈ a Jérusalem, men yo te manje pen san ledven pami frè yo.
2KI 23:10 Anplis, li te souye Topheth, ki nan vale fis Hinnom an, pou pèsòn pa t kab fè fis li oswa fi li pase nan dife Moloc la.
2KI 23:11 Li te retire cheval ke wa a Juda yo te konn bay a solèy la, kote antre kay SENYÈ a, kote chanm Nethan-Mélec la, ofisye a, ki te nan pwovens yo e li te brile cha solèy yo avèk dife.
2KI 23:12 Lotèl ki te sou twati yo, nan wo chanm Achaz ke wa Juda yo te fè a ak lotèl ke Manassé te fè nan de lakou lakay SENYÈ a, wa a te kraze yo. Li te kraze yo e li te jete poud yo nan flèv Cédron an.
2KI 23:13 Wo plas ki te devan Jérusalem yo, ki te adwat mòn pèdisyon ke Salomon te bati pou Astarté a, abominasyon a Sidonyen yo, avèk Kemosch, abominasyon a fis Ammon yo, wa a te souye yo.
2KI 23:14 Li te kraze an mòso pilye sakre yo, li te koupe Astarté yo e li te plen plas yo avèk zo moun.
2KI 23:15 Anplis, lotèl ki te Béthel la avèk wo plas ke Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a, menm lotèl sila a avèk wo plas la a li te kraze. Epi li te kraze wòch li yo, li te moulen yo jis yo te fè poud e li te brile Astarté a.
2KI 23:16 Alò, lè Josias te vire gade, li te wè tout simityè ki te sou mòn nan e li te voye pran zo ki te ladann yo, li te brile yo sou lotèl la e te souye li pa pawòl SENYÈ a, ke nonm Bondye a te pwoklame a, sila ki te pwoklame bagay sa yo.
2KI 23:17 Alò, li te di: “Se ki moniman sa a ke m wè la a?” Epi mesye lavil yo te di l: “Li se tonm a nonm Bondye ki te sòti Juda a pou te pwoklame bagay sa yo ke ou te fè kont lotèl Béthel la.”
2KI 23:18 Li te di: “Lese li; pa kite pèsòn deranje zo li.” Konsa, yo te kite zo li yo san deranje avèk zo a pwofèt ki te sòti Samarie a.
2KI 23:19 Anplis, Josias te retire tout kay nan wo plas ki te nan vil Samarie yo, ke wa Israël la te fè pou te pwovoke SENYÈ a, epi li te fè a yo menm sa ke li te fè Béthel la.
2KI 23:20 Tout prèt a wo plas ki te prezan yo, li te touye yo sou lotèl yo, e li te brile zo moun yo sou yo. Konsa, li te retounen Jérusalem.
2KI 23:21 Wa a te kòmande tout pèp la. Li te di: “Selebre fèt Pak SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan liv akò sila a.”
2KI 23:22 Anverite, yon Pak tankou sila a pa t selebre depi nan jou a jij ki te jije Israël yo, ni nan tout jou a wa Israël yo avèk wa Juda yo.
2KI 23:23 Men nan di-zuityèm ane a Wa Josias la, Pak sila a te obsève Jérusalem.
2KI 23:24 Anplis, Josias te retire moun ki te konn rele lespri mò yo, avèk bòkò avèk zidòl lakay yo ak tout lòt zidòl avèk tout abominasyon ki te konn wè nan tout peyi Juda a avèk Jérusalem, pou li ta kapab konfime pawòl lalwa ki te ekri nan liv ke Hilkija, prèt la, te twouve lakay SENYÈ a.
2KI 23:25 Avan li, pa t gen wa tankou li ki te vire vè SENYÈ a avèk tout kè li, avèk tout nanm li e avèk tout fòs li, selon lalwa Moïse la. Ni pa t gen okenn moun tankou li ki te leve apre li.
2KI 23:26 Malgre sa, SENYÈ a pa t kite chalè gran kòlè Li ki te brile kont Juda, akoz tout pwovokasyon avèk sila Manassé te pwovoke Li yo.
2KI 23:27 SENYÈ a te di: “Mwen va retire Juda tou devan zye Mwen, jan mwen te retire Israël la. Mwen va voye jete Jérusalem, vil sila ke M te chwazi a ak tanp sou sila Mwen te di: ‘Non Mwen va la a.’”
2KI 23:28 Alò, tout lòt zèv a Josias yo, avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
2KI 23:29 Nan jou pa li yo, Farawon Néco, wa Égypte la, te monte kont wa Assyrie a nan Rivyè Euphrate la e Wa Josias te ale rankontre li. Epi lè Néco te wè l, li te touye li Méguiddo.
2KI 23:30 Sèvitè li yo te kondwi kadav li a nan yon cha soti Méguiddo pou te mennen li rive Jérusalem, e yo te antere li nan pwòp tonm pa li. Konsa, pèp peyi a te pran Joachaz, fis a Josias la, yo te onksyone li, e yo te fè l wa nan plas papa li.
2KI 23:31 Joachaz te gen laj a venn-twazan lè l te devni wa a e li te renye twa mwa Jérusalem. Manman li te rele Hamuthal, fi a Jérémie an nan Libna.
2KI 23:32 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke zansèt li yo te fè.
2KI 23:33 Farawon Néco te fèmen li nan prizon nan Ribla nan peyi Hamath pou li pa renye Jérusalem, epi li te enpoze sou peyi a yon amann san talan ajan avèk yon talan lò.
2KI 23:34 Farawon Néco te fè Éliakim, fis a Josias la wa nan plas Josias, papa li e te chanje non li an Jojakim. Men li te mennen Joachaz sòti. Li te mennen li an Égypte e li te mouri la.
2KI 23:35 Konsa, Jojakim te bay ajan avèk lò a Farawon, men li te egzije kontribisyon sou peyi a pou l ta kab bay lajan lè Farawon te mande li. Li te egzije ajan avèk lò a soti nan pèp peyi a, chak moun selon kalkil valè pa li, pou vèse bay a Farawon Néco.
2KI 23:36 Jojakim te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye onzan Jérusalem. Non manman li te Zébudda, fi a Pedaja a nan Ruma.
2KI 23:37 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa zansèt li yo te konn fè yo.
2KI 24:1 Nan jou pa li yo, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte e Jojakim te vin sèvitè li pandan twazan. Epi, konsa, li te vire fè rebèl kont li.
2KI 24:2 SENYÈ a te voye kont li twoup a Kaldeyen yo, twoup a Siryen yo, twoup Moabit yo ak twoup Amonit yo. Li te voye yo kont Juda pou detwi li, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li yo, pwofèt yo.
2KI 24:3 Anverite, sou kòmand SENYÈ a, li te rive Juda, pou retire yo devan zye Li akoz peche a Manassé yo selon tout sa ke li te fè yo,
2KI 24:4 anplis, ak san inosan li te vèse yo. Paske li te ranpli Jérusalem avèk san inosan e SENYÈ a pa t padone sa.
2KI 24:5 Alò, tout lòt zèv a Jojakim yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
2KI 24:6 Konsa, Jojakim te dòmi avèk papa zansèt li yo e Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li.
2KI 24:7 Wa Égypte la pa t sòti nan peyi li ankò, paske wa Babylone nan te kaptire tout sa ki te pou wa Égypte la soti nan flèv Égypte la jis rive nan Rivyè Euphrate la.
2KI 24:8 Jojakin te gen di-zuit ane lè li te devni wa e li te renye twa mwa Jérusalem. Non manman li se te Néhuschtha, fi a Elnathan an Jérusalem.
2KI 24:9 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon tout sa ke papa li te konn fè yo.
2KI 24:10 Nan tan sa a, sèvitè a wa Babylone yo te monte Jérusalem e vil la te antre anba syèj.
2KI 24:11 Epi Nebucadnetsar, wa Babylone nan te rive nan vil la pandan sèvitè li yo t ap fè syèj li.
2KI 24:12 Jojakin, wa Juda a, te sòti kote wa a Babylone nan, li menm avèk manman li, sèvitè li yo avèk kapitèn li yo ak ofisye li yo. Konsa, wa a Babylone nan te pran li an kaptivite nan uityèm ane règn pa li a.
2KI 24:13 Li te pote fè sòti depi la, tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a. Li te koupe an mòso tout veso lò ke Salomon, wa Israël la, te fè nan tanp SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te di a.
2KI 24:14 Konsa, li te mennen an egzil tout Jérusalem avèk tout kapitèn ak tout moun avèk gwo kouraj yo; di-mil kaptif, avèk tout mèt ouvriye ak tout sila ki konn fòme oswa fonn metal yo.
2KI 24:15 Konsa, li te mennen Jokajin sòti an egzil Babylone, anplis, manman a wa a avèk madanm li yo, ofisye li yo ak tout mesye ki te chèf dirijan peyi yo. Li te mennen yo ale an egzil soti Jérusalem jis rive Babylone.
2KI 24:16 Tout mesye gwo kouraj ak pwisans yo, sèt-mil, mèt ouvriye yo, mil, tout te plen avèk fòs e pare pou fè lagè. Tout sila yo, wa Babylone nan te mennen an egzil Babylone.
2KI 24:17 Epi wa Babylone nan te fè tonton Jokajin nan, Matthania, wa nan plas li e li te chanje non li an Sédécias.
2KI 24:18 Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a, e li te renye pandan onzan Jérusalem. Non manman li se te Hamuthal, fis a Jérémie an nan Libna.
2KI 24:19 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke Jojakim te konn fè yo.
2KI 24:20 Paske akoz kòlè SENYÈ a, tout sa te rive Jérusalem avèk Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li. Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.
2KI 25:1 Alò nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou ak nan dezyèm mwa a, Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini. Li menm avèk tout lame li te fè kan kont Jérusalem, e li te bati yon miray syèj ki te antoure li.
2KI 25:2 Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a Wa Sédécias la.
2KI 25:3 Nan nevyèm jou ak nan katriyèm mwa a, grangou te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a.
2KI 25:4 Konsa, yo te kase vil la antre e tout mesye lagè yo te sove ale nan nwit lan pa pòtay antre de mi yo akote jaden a wa a, malgre Kaldeyen yo te antoure tout vil la. Konsa, yo te sòti pa chemen dezè a.
2KI 25:5 Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè wa a. Yo te rive pran li nan plèn Jéricho a, e tout lame li a te gaye kite li.
2KI 25:6 Yo te kaptire wa a e yo te mennen li kote wa Babylone nan Ribla e yo te pase jijman sou li.
2KI 25:7 Yo te touye fis a Sédécias yo devan zye li, yo te pete zye a Sédécias, yo te mare l avèk chenn an bwonz yo, e yo te mennen li Babylone.
2KI 25:8 Alò, nan setyèm jou ak nan senkyèm mwa a, ki se te diznevyèm ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, kapitèn gad yo, yon sèvitè a wa Babylone nan, te rive Jérusalem.
2KI 25:9 Li te brile lakay SENYÈ a, lakay wa a ak tout kay Jérusalem yo. Menm tout gwo kay yo, li te brile yo avèk dife.
2KI 25:10 Epi tout lame Kaldeyen yo ki te avèk kapitèn gad la te kraze, chire, tout mi ki te antoure Jérusalem yo.
2KI 25:11 Epi tout rès nan moun ki te kite lavil yo, sila ki te dezète al jwenn wa Babylone nan e tout rès pèp la ki te rete, Nebuzaraden, kapitèn gad la, te pote yo ale an egzil.
2KI 25:12 Men kapitèn gad la te kite kèk moun pami pi malere yo pou sèvi kòm ouvriye nan chan rezen yo ak pou raboure tè a.
2KI 25:13 Alò, pilye an bwonz ki te lakay SENYÈ yo ak baz avèk lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kraze yo an mòso e te pote bwonz lan Babylone.
2KI 25:14 Yo te retire po yo, pèl yo, etennwa yo, kiyè yo ak tout veso an bwonz ki te konn sèvi nan sèvis tanp lan.
2KI 25:15 Kòmandan gad la, anplis, te pran tout plato pou resevwa sann yo, avèk basen yo, sila ki te an lò fen ak sila ki te an ajan fen yo.
2KI 25:16 De pilye yo, yon sèl lanmè a ak baz ke Salomon te fè pou lakay SENYÈ a, bwonz nan veso sila yo te depase kapasite pou peze.
2KI 25:17 Wotè a yon pilye te di-zuit koude e yon tèt an bwonz te sou li. Wotè a tèt an bwonz lan te twa koude, avèk yon griyaj ak grenad ki te antoure li an bwonz. Epi dezyèm pilye a te tankou sila yo avèk yon sistèm griyaj.
2KI 25:18 Alò, kapitèn gad la te pran Seraja, wo prèt la, avèk Sophonie, dezyèm prèt la, avèk twa ofisye a tanp lan.
2KI 25:19 Depi nan vil la, li te pran yon ofisye ki te chèf mesye lagè yo ak senk nan konseye a wa yo ki te twouve nan vil la; epi grefye a kapitèn lame ki te responsab anrejistre moun nan peyi a; epi swasant moun nan pèp peyi a te twouve nan vil la.
2KI 25:20 Nebuzaradan, kapitèn gad la, te pran yo pou te mennen yo kote wa Babylone nan Ribla.
2KI 25:21 Alò, wa Babylone nan te frape yo e te mete yo a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath. Konsa, Juda te mennen an egzil soti nan peyi li.
2KI 25:22 Alò, moun ki te rete nan peyi Juda yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te kite, li te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, fis a Schaphan an sou yo.
2KI 25:23 Lè tout kapitèn yo avèk sòlda pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia kòm gouvènè, yo te vin kote Guedalia nan Mitspa; pa non, Ismaël fis a Nethania a, avèk Jochanan, fis a Karéach la, Seraja, fis a Thanhumeth la, Netofayit la, avèk Jaazania, fis a Maakatyen an, yo menm avèk mesye pa yo.
2KI 25:24 Guedalia te sèmante a yo avèk mesye pa yo a, e te di yo: “Pa pè vin sèvitè a Kaldeyen yo. Viv nan peyi a, sèvi wa Babylone nan e sa va ale byen pou nou.”
2KI 25:25 Men li te vin rive nan setyèm mwa a, ke Ismaël, fis a Nethania yo, fis a Élischama yo nan fanmi wayal la, te rive avèk dis òm pou te frape Guedalia e li te mouri ansanm avèk Jwif ak Kaldeyen ki te avèk li nan Mitspa yo.
2KI 25:26 Alò, tout pèp la, ni gran ni piti, avèk kapitèn a fòs soulèvman yo te leve ale an Égypte; paske yo te pè Kaldeyen yo.
2KI 25:27 Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane an egzil a Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, nan venn-setyèm jou nan mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan lane ke li te vin wa a, li te lage Jojakin, wa Juda a, soti nan prizon.
2KI 25:28 Konsa, li te pale avèk dousè anvè li e li te leve twòn li an piwo pase lòt wa ki te avèk li Babylone yo.
2KI 25:29 Jojakin te chanje rad prizonye li yo, e li te vin pran repa l nan prezans a wa a pandan tout rès jou lavi li.
2KI 25:30 Epi pou bous li, yon bous nòmal te bay a li menm pa wa a, yon pòsyon pou chak jou pandan tout jou lavi li.
1CH 1:1 Adam, Seth, Énosch
1CH 1:2 Kénan, Mahalaleel, Jéred,
1CH 1:3 Hénoc, Metuschélah, Lémec,
1CH 1:4 Noé, Sem, Cham avèk Japhet.
1CH 1:5 Fis a Japhet yo: Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec avèk Tiras.
1CH 1:6 Fis a Gomer yo: Aschkenaz, Diphat, avèk Togarma.
1CH 1:7 Fis a Javan yo: Élischa, Tarsisa, Kittim ak Rodanim.
1CH 1:8 Fis a Cham yo: Cush, Mitsraïm, Puth avèk Canaan.
1CH 1:9 Fis a Cush yo: Saba, Havilla, Sabta, Raema avèk Sabteca. —Fis a Raema yo: Séba avèk Dedan.
1CH 1:10 Cush te fè Nimrod: se li menm ki te vin yon nonm pwisan sou latè a.
1CH 1:11 Mitsarïm te fè moun a Ludim yo, Ananim yo, Lehabim yo, Naphtuhim yo,
1CH 1:12 Patrusim yo, Casluhim yo, sou sila Filisten yo te sòti avèk Kaftorimyen yo.
1CH 1:13 Canaan te fè Sidon, premye ne li avèk Heth,
1CH 1:14 avèk Jebizyen yo, Amoreyen yo ak Gigazyen yo,
1CH 1:15 Evyen yo, Akiyen yo, Siniyen yo,
1CH 1:16 Avadyen yo, Semariyen yo ak Amatyen yo.
1CH 1:17 Fis a Sem yo: Élam, Assur, Arpacschad, Lud ak Aram; Uts, Hul, Guéter avèk Méschec.
1CH 1:18 Arpacschad te fè Schélach; epi Schélach te fè Héber.
1CH 1:19 De fis te fèt a Éber, non a youn se te Péleg; paske nan jou pa li yo, tè a te divize e non frè li a se te Joktan.
1CH 1:20 Joktan te vin papa a Almodad, Schéleph, Hatsarmaveth, Jérach,
1CH 1:21 Hadoram, Uzal, Dikla,
1CH 1:22 Ébal, Abimaël, Séba,
1CH 1:23 Ophir, Havila, avèk Jobab, tout sila te fis a Joktan.
1CH 1:24 Sem, Arpacschad, Schélach,
1CH 1:25 Héber, Péleg, Rehu,
1CH 1:26 Serug, Nachor, Térach,
1CH 1:27 Abram, ki se Abraham.
1CH 1:28 Fis a Abraham yo: Isaac avèk Ismaël.
1CH 1:29 Men desandan pa yo: Nebajoth, premye ne pou Ismaël, Kédar, Adbeel, Mibsam.
1CH 1:30 Mischma, Duma, Massa, Hadad, Téma,
1CH 1:31 Jethur, Naphisch ak Kedma: sila yo se te fis a Ismaël.
1CH 1:32 Fis a Ketura yo, ti mennaj a Abraham nan. Li te bay nesans a Zimran, Jokschan, Medan, Madain, Jischbak ak Schuach. —Fis a Jokschan yo: Séba avèk Dedan.
1CH 1:33 Fis a Madian yo: Épha, Épher, Hénoc, Abida avèk Eldaa—Tout sila yo se te fis a Ketura.
1CH 1:34 Abraham te fè Isaac. Fis a Isaac yo se te Ésaü avèk Israël.
1CH 1:35 Fis a Ésaü yo: Éliphaz, Reuel, Jeusch, Jaelam avèk Koré.
1CH 1:36 Fis a Éliphaz yo: Théman, Omar, Tsephi, Gaetham, Kenaz, Thimna avèk Amalek.
1CH 1:37 Fis a Reuel yo: Nahath, Zérach, Schamma avèk Mizza.
1CH 1:38 Fis a Séir yo: Lothan, Schobal, Tsibeon, Ana, Dischon, Etser avèk Dischan.
1CH 1:39 Fis a Lothan yo: Hori avèk Homam. Epi sè Lothan an te Thimna.
1CH 1:40 Fis a Schobal yo: Alijan, Manahath, Ébal, Schephi avèk Onam. Fis a Tsibeon yo: Ajja, avèk Ana.
1CH 1:41 Fis a Ana a: Dischon. Fis a Dischon yo: Hamran, Eschban, Jitran avèk Keran.
1CH 1:42 Fis a Etser yo: Bilhan, Zaavan avèk Jaakan. Fis a Dischan yo: Uts avèk Aran.
1CH 1:43 Alò, sila yo se wa ki te renye nan peyi Édom an avan te gen wa an Israël. Béla, fis a Beor la; epi non a vil pa li a se te Dinhaba.
1CH 1:44 Béla te mouri; epi Jobab, fis a Zérach ki sòti Botsra a, te renye nan plas li.
1CH 1:45 Jobab te mouri e Huscham a peyi Temanit yo te renye nan plas li.
1CH 1:46 Huscham te mouri; epi Hadad, fis a Bedad la, te renye nan plas li. Se te li menm ki te frape Madian nan chan Moab la. Non a vil sa a se te Avith.
1CH 1:47 Hadad te mouri; epi Samia a Maskéka te renye nan plas li.
1CH 1:48 Samia te mouri; epi Saül a Rehoboth kote flèv la te renye nan plas li.
1CH 1:49 Saül te mouri; epi Baal-Hanan, fis a Acbor a te renye nan plas li.
1CH 1:50 Baal-Hanan te mouri; epi Hadad te renye nan plas li. Non a vil sa a se te Pahi; epi non a madanm li se te Mehéthabeel, fi a Mathred la, fi a Mézahab la.
1CH 1:51 Hadad te mouri. Chèf a Édom yo te chèf Thimna, chèf Alia, chèf Jetheth,
1CH 1:52 chèf Oholibama, chèf Éla ak chèf Pinon,
1CH 1:53 chèf Kenaz, chèf Théman, chèf Mibtsar,
1CH 1:54 chèf Magdiel, chèf Iram. Sila yo se te chèf Édom yo.
1CH 2:1 Men fis Israël yo: Ruben, Siméon, Lévi, Juda, Issacar, Zabulon,
1CH 2:2 Dan, Joseph, Benjamin, Nephthali, Gad ak Aser.
1CH 2:3 Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla; twa fèt a li menm pa Bath-Schua, Kananeyen an. Er, premye ne a Juda a, se te mechan nan zye SENYÈ a, ki te mete li a lanmò.
1CH 2:4 Tamar, bèlfi a Juda a, te bay nesans a Pérets avèk Zérach. Kantite antou a fis Juda yo, senk.
1CH 2:5 Fis a Pérets yo: Hetsron avèk Hamul.
1CH 2:6 Fis a Zérach yo: Zimri, Éthan, Héman, Calcol avèk Dara. An total: senk.
1CH 2:7 Fis a Carmi yo: Acar, ki te twouble Israël lè l te vyole bagay anba ve yo.
1CH 2:8 Fis a Éthan an: Azaria.
1CH 2:9 Fis ki ne a Hetsron yo: Jerachmeel, Ram, avèk Kelubaï.
1CH 2:10 Ram te fè Amminadab. Amminadab te fè Nachschon, chèf a fis a Juda yo.
1CH 2:11 Nachschon te fè Salma. Salma te fè Boaz.
1CH 2:12 Boaz te fè Obed. Obed te fè Jesse,
1CH 2:13 Jesse te fè Éliab, fis premye ne a, Abinadab, dezyèm nan, Schimea, twazyèm nan,
1CH 2:14 Nethaneel, katriyèm nan, Raddaï, senkyèm nan,
1CH 2:15 Otsem, sizyèm nan, David, setyèm nan.
1CH 2:16 Sè pa yo se te: Tseruja avèk Abigaïl. Epi twa fis a Tserula yo: Abischaï, Joab avèk Asaël, twa.
1CH 2:17 Abigaïl te fè Amasa: papa Amasa se te Jéther, avèk Izmayelit la.
1CH 2:18 Caleb, fis a Hetsron an te fè de fis avèk Azuba, madanm li e de pa Jerioth; alò, sa yo se te fis li yo: Jéscher, Schobab avèk Ardon.
1CH 2:19 Azuba te mouri; epi Caleb te pran Éphrath ki te fè Hur pou li.
1CH 2:20 Hur te fè Uri e Uri te fè Betsaleel.
1CH 2:21 Apre, Hetsron te ale kote fi a Makir a, papa a Galaad e li te gen swasant ane depi li te marye avè l; epi li te fè pou li Segub.
1CH 2:22 Segub te fè Jaïr, ki te gen venn-twa vil nan peyi Galaad.
1CH 2:23 Men Gechouryen yo avèk Siryen yo te rache vil Jaïr yo nan men yo avèk Kenath ak vil pa li yo, menm swasant vil. Tout sila yo se te fis a Makir yo, papa a Galaad.
1CH 2:24 Lè Hetsron te fin mouri nan Caleb-Éphrata, Abija, fanm Hetsron an, te fè pou li, Aschchur, papa a Tekoa.
1CH 2:25 Fis a Jerachmeel yo, premye ne a Hetsron an: Ram, premye ne, Buna, Oren avèk Otsem, ne a Achija.
1CH 2:26 Jerachmeel te gen yon lòt fanm ki te rele Athara e ki te manman a Onam.
1CH 2:27 Fis a Ram yo, premye ne a Jerachmeel, te Maatys, Jamin, avèk Éker.
1CH 2:28 Fis a Onam yo te Schammaï avèk Jada. Fis a Schammaï yo: Nadab avèk Abischur.
1CH 2:29 Non a fanm Abischur a te Abichail e li te fè pou li Achban avèk Molid.
1CH 2:30 Fis a Nadab yo: Séled avèk Appaïm. Séled te mouri san fis.
1CH 2:31 Fis a Appaïm nan: Jischeï. Fis a Jischeï a: Schéschan. Fis a Schéschan an: Achlaï.
1CH 2:32 Fis a Jada yo, frè a Schammaï: Jéther avèk Jonathan. Jéther te mouri san fis.
1CH 2:33 Fis a Jonathan yo: Péleth avèk Zaza. Sila yo se te fis a Jerachmeel.
1CH 2:34 Schéschan pa t gen fis, men sèlman fi. Schéschan te gen yon esklav Ejipsyen ki te rele Jarcha.
1CH 2:35 Epi Schéschan te bay fi li kon madanm a Jarcha, esklav li a e li te fè pou li, Attaï.
1CH 2:36 Attaï te fè Nathan; Nathan te fè Zabad;
1CH 2:37 Zabad te fè Ephlal; Ephlal te fè Obed;
1CH 2:38 Obed te fè Jéhu; Jéhu te fè Azaria;
1CH 2:39 Azaria te fè Halets; Halets te fè Élasa;
1CH 2:40 Élasa te fè Sismaï; Sismaï te fè Schallum;
1CH 2:41 Schallum te fè Jekamja; Jekamja te fè Élischama.
1CH 2:42 Alò, fis a Caleb yo, frè a Jerachmeel la: Méscha, fis premye ne a, ki te vin papa a Ziph e fis pa li a se te Maréscha, papa a Hébron.
1CH 2:43 Fis a Hébron yo: Koré, Thappuach, Rékem avèk Schéma.
1CH 2:44 Schéma te fè Racham, papa a Jorkeam. Rékem te fè Schammaï.
1CH 2:45 Fis a Schammaï a: Maon; epi Maon te papa a Beth-Tsur.
1CH 2:46 Épha, ti mennaj a Caleb la, te fè Haran, Motsa avèk Gazez.
1CH 2:47 Fis a Jahdaï a: Réguem, Jotham, Guéschan, Péleth, Épha avèk Schaaph.
1CH 2:48 Maaca, ti mennaj a Caleb la te fè Schéber avèk Tirchana.
1CH 2:49 Li te fè ankò Schaaph, papa a Madmanna, avèk Scheva, papa a Macbéna, papa a Guibea. Fi a Caleb la te Acsa.
1CH 2:50 Men fis a Caleb yo: Fis a Hur yo, premye ne a Éphrata a e papa a Kirjath-Jearim;
1CH 2:51 Salma, papa a Bethléem; Hareph, papa a Beth-Gader.
1CH 2:52 Fis a Shobal yo, papa a Kirjath-Jearim te Haroé, Hatsi-Hammenuhoth.
1CH 2:53 Fanmi a Kirjath-Jearim yo se te: Jetriyen yo, Pityen yo, Choumatyen yo ak Mischrayen yo; depi nan fanmi sila yo, te sòti Soreatyen yo avèk Eschtaolyen yo.
1CH 2:54 Fis a Salma yo: Bethléem avèk Netofatyen yo, Athroth-Beth-Joab, Hatsi-Hammanachthi, Soreyen yo;
1CH 2:55 epi fanmi a skrib ki te rete Jaebets yo: Tireatyen yo, Schimeatyen yo ak Sikatyen yo. Sila yo se Kenyen ki te soti nan Hamath yo, papa lakay Récab.
1CH 3:1 Alò, sila yo se te fis a David ke li te fè Hébron yo. Premye ne a, Amnon, pa Achinoam ak Jizreel; dezyèm nan, Daniel ak Abigaïl, moun Carmel la;
1CH 3:2 Twazyèm nan, Absalom, fis a Maaca a, fi a Talmaï a, wa Gueschur a; katriyèm nan, Adonija, fis a Haggith la;
1CH 3:3 senkyèm nan, Schephatia, pa Abithai; sizyèm nan, Jithream pa Élga, madanm li.
1CH 3:4 Se sis ki te fèt a li Hébron. La, li te renye pandan setan si mwa e li te renye pandan trann-twazan Jérusalem.
1CH 3:5 Men sila ki te fèt a li Jérusalem yo: Schimea, Schobab, Nathan avèk Salomon, kat pa Bath-Schua, fi a Ammiel la;
1CH 3:6 avèk Jibhar, Élischama, Éliphéleth,
1CH 3:7 Noga, Népheg, Japhia, Élischama,
1CH 3:8 Éliada avèk Éliphéleth, nèf.
1CH 3:9 Tout sila yo se fis a David, anplis, fis a ti mennaj li yo; epi Tamar te sè li.
1CH 3:10 Fis a Salomon an: Roboam. Abijah, fis pa li a; Asa, fis pa li a; Josaphat, fis pa li a;
1CH 3:11 Joram, fis pa li a; Achazia, fis pa li a; Joas, fis pa li a;
1CH 3:12 Amatsia, fis pa li a: Azaria, fis pa li a; Jotham, fis pa li a;
1CH 3:13 Achaz, fis pa li a; Ézéchias, fis pa li a; Manassé, fis pa li a;
1CH 3:14 Amon, fis pa li a; Josias, fis pa li a.
1CH 3:15 Fis a Josias yo: Jochanan, premye ne a; dezyèm nan, Jojakim; twazyèm nan, Sédécias; katriyèm nan, Schallum.
1CH 3:16 Fis a Jojakim yo: Jéconias, fis li a, avèk Zedekiah, fis li a.
1CH 3:17 Fis a Jéconias yo, prizonye a: Schealthiel, fis li a,
1CH 3:18 epi Malkiram, Pedaja, Schénatsar, Jekamia, Hoschama ak Nedabia.
1CH 3:19 Fis a Pedaja yo: Zorobabel avèk Schimeï. Fis a Zorobabel yo: Meschullam avèk Hanania; epi Schelomith, sè pa yo;
1CH 3:20 avèk Haschuba, Ohel, Bérékia, Hasadia, Juschab-Hésed, senk.
1CH 3:21 Fis a Hanaja yo: Pelathia avèk Ésaïe; fis a Rephaja yo, fis a Arnan yo, fis a Abdias yo, fis a Schecania yo.
1CH 3:22 Desandan a Schecania yo se te Schemaeja ak fis a Schemaeja yo, Hattusch, Jigueal, Bariach, Nearia ak Schaphath, sis.
1CH 3:23 Fis a Nearia yo: Eljoénaï, Ézéchias ak Azrikam, twa.
1CH 3:24 Fis a Eljoénaï yo: Hodavia, Éliaschib, Pelaja, Akkub, Jochanan, Delaja ak Anani, sèt.
1CH 4:1 Fis a Juda yo: Pérets, Hetsron, Carmi, Hur ak Shobal.
1CH 4:2 Reaja, fis a Shobal la, te vin papa a Jachath; Jachath te fè Achumaï avèk Lahad. Sila yo se te fanmi a Soreatyen yo.
1CH 4:3 Men desandan a Étham yo: Jizreel, Jischma ak Jidbach; sè yo te rele Hatselelponi.
1CH 4:4 Penuel se te papa a Guedor e Ézer papa a Huscha. Men fis a Hur yo; premye ne a, Éphrata, papa a Bethléem.
1CH 4:5 Aschchur, papa a Tekoa, te gen de madanm: Hélea avèk Naara.
1CH 4:6 Naara te fè pou li Achuzzam, Hépher, Thémeni ak Ashaschthari: men fis a Naara yo.
1CH 4:7 Fis a Hélea yo: Tséreth, Tsochar ak Ethnan.
1CH 4:8 Kots te fè Anub avèk Hatsobéba ak fanmi a Acharchel yo, fis a Harum yo.
1CH 4:9 Jaebets te gen plis onè pase frè li yo e manman li te rele li Jaebets epi te di: “akoz mwen te fè l avèk gwo doulè”.
1CH 4:10 Jaebets te rele Bondye Israël la epi te di: “O ke Ou beni mwen, anverite e agrandi lizyè mwen e ke men Ou avè m, ke Ou pwoteje m de mal pou m pa ta twouble akoz li.” Epi Bondye te bay li sa li te mande a.
1CH 4:11 Kelub, frè a Schucha a, te fè Mechir ki te papa a Eschthon.
1CH 4:12 Eschthon te soti lakay Rapha, Paséach ak Thechinna, papa a Nachasch. Sila yo se te moun a Réca yo.
1CH 4:13 Alò, fis a Kenaz yo: Othniel avèk Seraja. Fis a Othniel la: Hathath.
1CH 4:14 Meonothaï te fè Ophra. Seraja te fè Joab, papa a atizan yo; paske li menm te yon atizan.
1CH 4:15 Fis a Caleb yo, ki te fis a Jephunné a: Iru, Éla avèk Naam e fi yo, Éla avèk Kenaz.
1CH 4:16 Fis a Jehalléleel yo: Ziph, Zipha, Thirja ak Asareel.
1CH 4:17 Fis a Esdras yo: Jéther, Méred, Épher ak Jalon. Madanm a Méred la te fè Miriam, Schammaï ak Jischbach, papa Eschthemoa.
1CH 4:18 Madanm li, Juif te fè Jéred, papa a Guedor, Héber, papa a Soco, avèk Jekuthiel, papa a Zanoach.
1CH 4:19 Fis a madanm a Hodija yo, sè a Nacham nan, se te zansèt a Kehila yo, Gamyen yo, ak Eschthemoa, Maakatyen yo.
1CH 4:20 Fis a Simon yo: Amnon, Rinna, Ben-Hanan ak Thilon. Epi fis a Jischeï yo: Zocheth ak Ben-Zocheth.
1CH 4:21 Fis a Schéla yo, ki te fis a Juda a: Er, papa a Léca, Laeda, papa a Maréscha, avèk fanmi lakay travayè twal nan Béth-Aschbéa yo,
1CH 4:22 avèk Jokim, mesye a Cozéba yo, Joas ak Saraph, ki te renye Moab avèk Jaschubi-Léchem. Achiv sila yo tèlman ansyen.
1CH 4:23 Sila yo se te moun ki te fè veso ajil ki te abite Netayaim avèk Gedera; yo te rete la avèk wa a pou fè travay li.
1CH 4:24 Fis a Siméon yo: Nemuel, Jamin, Jarib, Zérach, Saül.
1CH 4:25 Schallum, fis li a. Mibsam, fis li a.
1CH 4:26 Fis a Mischma yo: Hammuel, fis li a, Zaccur, fis li a ak Schimeï, fis li a.
1CH 4:27 Schimeï te gen sèz fis avèk sis fi. Frè li yo pa t fè anpil fis, ni fanmi pa yo pa t miltipliye kon fis a Juda yo.
1CH 4:28 Yo te rete Beer-Schéba, nan Molada ak nan Hatsar-Schual,
1CH 4:29 nan Bilha, nan Etsem, nan Tholad,
1CH 4:30 nan Bethuel, nan Horma, nan Tsiklag,
1CH 4:31 nan Beth-Marcaboth, nan Hatsar-Susim, nan Beth-Bireï ak nan Schaaraïm. Sila yo se te vil pa yo jiska règn a wa David la.
1CH 4:32 Vilaj pa yo te Etham, Ain, Rimmon, Thoken ak Aschan, senk vil yo;
1CH 4:33 epi tout vil pa yo ki te antoure menm vil sila yo jis rive Baal. Se te anplasman pa yo e yo genyen istwa zansèt pa yo.
1CH 4:34 Meschobab, Jamlec, Joscha, fis a Amatsia a;
1CH 4:35 epi Joël avèk Jéhu, fis a Joschibia a, fis a Seraia a, fis a Asiel la;
1CH 4:36 Eljoénaï, Jaakoba, Jeschochaja, Asaja, Adiel, Jesimiel, Benaja,
1CH 4:37 Ziza, fis a Allon an, fis a Jedaja a, fis a Schimri a, fis a Schemaeja a.
1CH 4:38 Sila ki mansyone pa non yo se te chèf lakay fanmi pa yo; epi lakay zansèt pa yo te chèf nan fanmi pa yo e lakay fanmi pa yo te grandi anpil.
1CH 4:39 Yo te rive jis nan antre Guedor, jis nan kote lès a vale a pou chache patiraj pou twoupo pa yo.
1CH 4:40 Yo te jwenn pa yo ki te trè rich e trè bon, peyi a te vast e kalm, epi te gen lapè; paske sila ki te rete la oparavan yo te desandan de Cham.
1CH 4:41 Sila yo, dechifre pa non te vini nan jou a Ézéchias yo, wa Juda a e te atake tant pa yo e avèk Mawonit ki te rete la yo, te detwi yo nèt jis rive jou sa a pou te rete nan plas pa yo, akoz te gen patiraj pou twoupo pa yo.
1CH 4:42 Sòti nan yo, depi nan fis Siméon, senk-san mesye te monte nan Mòn Séir avèk Pelathia, Nearia, Rephaja e Uziel, fis a Jischeï a.
1CH 4:43 Yo te detwi retay Amalekit ki te chape yo e te rete la jis rive jodi a.
1CH 5:1 Alò, fis a Ruben yo, premye ne an Israël la (paske se te premye ne li te ye, men akoz li te konwonpi kabann papa li, dwa nesans li te bay a fis a Joseph yo, fis Israël la; epi pou sa, li pa anwole nan istwa desandan yo selon dwa nesans lan.
1CH 5:2 Sepandan Juda te reyisi depase frè li yo e soti nan li, chèf la te parèt, malgre dwa nesans lan te pou Joseph),
1CH 5:3 fis a Ruben yo, premye ne an Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron ak Carmi.
1CH 5:4 Fis a Joël yo: Schemaeja, fis pa li a, Gog, fis pa li a; Schimeï, fis pa li a;
1CH 5:5 Michée, fis pa li a; Reaja, fis pa li a; Baal, fis pa li a.
1CH 5:6 Beéra, fis pa li a ke Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a te mennen an kaptivite: li te chèf a Ribenit yo.
1CH 5:7 Fanmi a Beéra yo, selon fanmi pa yo, nan istwa zansèt yo te Jeiel, chèf la ak Zechariah.
1CH 5:8 Epi Béla, fis a Azaz la, fis a Schéma a, fis a Joël la. Béla te rete Aroër e tèritwa yo te jiska Neb ak Baal-Meon;
1CH 5:9 nan lès, li te rete jis rive nan antre dezè a soti nan rivyè Euphrate la, akoz bèt pa yo te tèlman ogmante nan peyi Galaad la.
1CH 5:10 Nan jou a Saül yo, yo te fè lagè avèk Agarenyen ki te tonbe pa men yo, jiskaske yo te vin rete nan tant pa yo toupatou nan tout tèritwa lès a Galaad la.
1CH 5:11 Alò, fis a Gad yo te rete anfas yo nan peyi Basan an jis rive Salca.
1CH 5:12 Joël te chèf e Schapham te dezyèm nan ak Jaenaï avèk Schaphath nan Basan.
1CH 5:13 Fanmi pa yo selon lakay papa yo: Micaël, Meschullam, Schéba, Joraï, Zia ak Éber, sèt antou.
1CH 5:14 Sila yo se te fis a Abichaïl yo, fis a Huri a, fis a Jaroach la, fis a Galaad la, fis a Micaël la, fis a Jeschischaï a, fis a Jachdo a, fis a Buz la;
1CH 5:15 Achi, fis a Abdiel la, fis a Guni a, tèt lakay papa yo.
1CH 5:16 Yo te rete Galaad nan Basan, nan vil pa li yo ak nan tout tèren patiraj yo nan Saron jis rive nan limit lizyè pa yo.
1CH 5:17 Tout sila yo te anwole nan chif zansèt yo nan jou a Jotham yo, wa Juda a ak nan jou Jéroboam yo, wa Israël.
1CH 5:18 Fis a Ruben yo ak Gadit yo avèk mwatye Manassé yo, mesye a gwo kouraj yo, mesye ki te pote boukliye avèk nepe yo, te tire avèk banza e yo te fò nan batay, karant-kat-mil-sèt-san-swasant moun ki te ale nan gè a.
1CH 5:19 Yo te fè lagè kont Agarenyen yo, Jethur, Naphisch ak Nodab.
1CH 5:20 Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li.
1CH 5:21 Yo te pran tout twoupo bèt yo: senkant-mil chamo, de-san-senkant-mil mouton, de-mil bourik; epi san-mil òm.
1CH 5:22 Paske anpil moun te mouri, akoz lagè a te sòti nan Bondye. Epi yo te vin rete nan plas pa yo jis rive nan lè egzil la.
1CH 5:23 Alò, fis a mwatye tribi Manassé yo te rete nan peyi a; soti nan Bashan jis rive nan Baal-Hermon avèk Senir e Mòn Hermon yo te anpil.
1CH 5:24 Sila yo se te tèt lakay zansèt yo, menm Épher, Jischeï, Éliel, Azriel, Jérémie Hodavia ak Jachrenom; mesye gwo kouraj yo, chèf lakay zansèt pa yo.
1CH 5:25 Men yo te aji avèk trayizon kont Bondye a papa yo a e te jwe pwostitiye a nan kouri dèyè dye a pèp peyi ke Bondye te detwi devan yo a.
1CH 5:26 Pou sa, Bondye Israël la te chofe lespri a Pul, wa Assyrie a, menm lespri a Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a e li te pote yo ale an egzil, menm Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé yo e te fè yo rive nan Chalach, nan Chabor, nan Hara ak nan flèv Gozan an, kote yo rete menm jis rive jodi a.
1CH 6:1 Fis a Lévi yo: Guerschom, Kehath ak Merari.
1CH 6:2 Fis a Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron ak Uziel.
1CH 6:3 Pitit a Amram yo: Aaron avèk Moïse ak Marie. Fis a Aaron yo: Nadab, Abihu, Éléazar ak Ithamar.
1CH 6:4 Éléazar te vin papa a Phinées; Phinées te vin papa a Abischua;
1CH 6:5 Abischua te vin papa a Bukki e Bukki te vin papa a Uzzi,
1CH 6:6 epi Uzzi te vin papa a Zerachja; Zerachja te vin papa a Merajoth;
1CH 6:7 Merajoth te vin papa a Amaria; Amaria te vin papa a Achithub;
1CH 6:8 epi Achithub te vin papa a Tsadok e Tsadok te vin papa a Achimaats;
1CH 6:9 epi Achimaats te vin papa a Azaria; Azaria te vin papa a Jochanan;
1CH 6:10 Jochanan te vin papa a Azaria, ki te fè sèvis kon prèt nan kay ke Salomon te bati Jérusalem nan;
1CH 6:11 epi Azaria te vin papa a Amaria; Amaria te vin papa a Achithub;
1CH 6:12 Achithub te vin papa a Tsadok; Tsadok te vin papa a Schallum;
1CH 6:13 Schallum te vin papa a Hilkija, Hilkija te vin papa Azaria;
1CH 6:14 Azaria te vin papa a Seraja; Seraja te vin papa a Jehotsadak.
1CH 6:15 Jehotsadak te ale lè SENYÈ a te pote Juda avèk Jérusalem ale an egzil pa Nebucadnetsar.
1CH 6:16 Fis a Lévi yo: Guerschom, Kehath ak Merari.
1CH 6:17 Sila yo se non a fis a Guerschom yo: Libni avèk Schimeï.
1CH 6:18 Fis a Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron ak Uziel.
1CH 6:19 Fis a Merari yo: Machli ak Muschi. Epi sila yo se fanmi a Levit yo selon zansèt pa yo.
1CH 6:20 Selon Guerschom: Libni, fis li a, Jachath, fis li a; Zimma, fis li a;
1CH 6:21 Joach, fis li a; Iddo, fis li a; Zérach, fis li a; Jeathrai, fis li a.
1CH 6:22 Fis a Kehath yo: Amminadab, fis li a; Koré, fis li a; Assir, fis li a;
1CH 6:23 Elkana, fis li a; Ebjasap, fis li a; Assir, fis li a;
1CH 6:24 Thachath, fis li a; Uriel, fis li a; Ozias, fis li a; Saül, fis li a.
1CH 6:25 Fis a Elkana yo: Amasaï avèk Achimoth;
1CH 6:26 Elkana, fis li a; Elkana-Tsophaï, fis li a; Nachath, fis li a;
1CH 6:27 Éliab, fis li a; Jerocham, fis li a; Elkana, fis li a;
1CH 6:28 epi fis a Samuel yo, premye ne a, Joel ak Abija.
1CH 6:29 Fis a Merari yo: Machli; Libni, fis li a; Schimeï, fis li a; Uzza, fis li a;
1CH 6:30 Schimea, fis li a; Hagguija, fis li a; Asaja, fis li a.
1CH 6:31 Alò, sila yo se sila ke David te chwazi nan sèvis chante lakay SENYÈ a, lè lach la te fin poze la.
1CH 6:32 Yo te fè ministè avèk chanson yo devan tant tabènak asanble a, jis lè Salomon te fin bati lakay SENYÈ a Jérusalem; epi yo te sèvi nan fonksyon pa yo selon lòd yo.
1CH 6:33 Sila yo se sila ki te sèvi avèk fis pa yo: Soti nan fis a Kehathit yo: Héman, chantè a, fis a Joël la, fis a Samuel la,
1CH 6:34 fis a Elkana a, fis a Jerocham nan, fis a Éliel la, fis a Thoach la,
1CH 6:35 fis a Tsuph la, fis a Elkana a, fis a Machath la, fis a Amasaï a,
1CH 6:36 fis a Elkana a, fis a Joël la, fis a Azaria a, fis a Sophonie a,
1CH 6:37 fis a Thachath la, fis a Assir a, fis a Ebjasaph la, fis a Koré a,
1CH 6:38 fis a Jitsehar la, fis a Kehath la, fis a Lévi a, fis a Israël la.
1CH 6:39 Frè Héman an, Asaph te kanpe sou men dwat li, menm Asaph la, fis a Bérékia a, fis a Schimea a,
1CH 6:40 fis a Micaël la, fis a Baaséja a, fis a Malkija a,
1CH 6:41 fis a Ethni a, fis a Zérach la, fis a Adaja a,
1CH 6:42 fis a Éthan an, fis a Zimma a, fis a Schimeï a,
1CH 6:43 fis a Jachath la, fis a Guerschom an, fis a Lévi a.
1CH 6:44 Sou lamen goch, fanmi pa yo, fis a Merari yo: Ethan, fis a Kishi a, fis a Abdi a, fis a Malluch la,
1CH 6:45 fis a Haschabia a, fis a Amatsia a, fis a Hilkija a,
1CH 6:46 fis a Amtsi a, fis a Bani a, fis a Schémer a,
1CH 6:47 fis a Machli a, fis a Muschi a, fis a Merari a, fis a Lévi a.
1CH 6:48 Fanmi pa yo, Levit yo, te chwazi pou tout sèvis tabènak lakay Bondye a.
1CH 6:49 Men Aaron avèk fis li yo te ofri sou lotèl ofrann brile a ak sou lotèl lansan an, pou tout zèv kote ki pi sen pase tout lòt yo a e pou fè ekspiyasyon pou Israël, selon tout sa ke Moïse, sèvitè Bondye a, te òdone.
1CH 6:50 Sila yo se fis a Aaron yo: Éléazar, fis li a; Phinées, fis li a; Abischua, fis li a;
1CH 6:51 Bukki, fis li a; Uzzi, fis li a; Zerachja, fis li a;
1CH 6:52 Merajoth, fis li a; Amaria, fis li a; Achithub, fis li a;
1CH 6:53 Tsadok, fis li a; Achimaats, fis li a.
1CH 6:54 Alò, sila yo se lye anplasman pa yo selon kan anndan tout fwontyè yo. A fis Aaron yo, a fanmi Keatit yo, (paske premye tiraj osò a te tonbe pou yo),
1CH 6:55 a yo, yo te bay Hébron, nan peyi Juda a ak tèren patiraj ki te antoure li a;
1CH 6:56 men chan vil yo ak bouk pa li yo, yo te bay a Caleb, fis a Jephunné a.
1CH 6:57 A fis Aaron yo, yo te bay vil azil sila yo: Hébron, Libna, osi avèk patiraj pa li a, Jatthir, Eschthemoa ak patiraj pa li a,
1CH 6:58 Hilen avèk patiraj pa li yo, Debir avèk patiraj pa li a,
1CH 6:59 Aschan avèk patiraj pa li a ak Beth-Schémesch avèk patiraj pa li a;
1CH 6:60 epi soti nan tribi Benjamin an, Guéba avèk patiraj pa li a, Aliémeth avèk patiraj pa li a. Tout vil pa yo pami tout fanmi pa yo te trèz vil.
1CH 6:61 Epi a tout lòt fis a Kehath yo, te bay pa tiraj osò, soti nan fanmi a tribi a, soti nan mwatye tribi a, mwatye tribi Manassé a, dis vil.
1CH 6:62 A fis a Guerschom yo, selon fanmi pa yo, te bay soti nan tribi Issacar ak soti nan tribi Aser a, tribi Nephtali a ak tribi Manassé a, trèz vil nan Basan yo.
1CH 6:63 A fis a Merari yo, te bay pa tiraj osò, selon fanmi pa yo, soti nan tribi Ruben an, tribi Gad la ak tribi Zabulon an, douz vil.
1CH 6:64 Konsa, fis a Israël yo te bay a Levit yo vil avèk patiraj yo.
1CH 6:65 Yo te bay pa tiraj osò soti nan tribi fis a Juda yo, tribi a fis a Siméon yo ak tribi a fis a Benjamin yo, vil sila ki mansyone pa non yo.
1CH 6:66 Alò, kèk nan fanmi a fis a Kehath yo te gen vil nan tèritwa pa yo soti nan tribi Éphraïm.
1CH 6:67 Yo te bay yo vil azil yo kon swivan: Sichem avèk patiraj li nan peyi ti mòn Éphraïm yo avèk patiraj pa li; anplis, Gezer avèk patiraj li yo,
1CH 6:68 Jokmeam avèk patiraj pa li, Beth-Horon avèk patiraj pa li;
1CH 6:69 Ajalon avèk patiraj pa li e Gath-Rimmon avèk patiraj pa li;
1CH 6:70 epi depi nan mwatye tribi Manassé a, Aner ak tè patiraj pa li a, e Bileam ak tè patiraj pa li a, pou rès fanmi a fis Kehath yo.
1CH 6:71 A fis Guerschom yo, yo te bay soti nan fanmi a mwatye tribi Manassé a: Golan avèk Basan ak patiraj pa li e Aschtaroth avèk patiraj pa li;
1CH 6:72 epi a tribi Issacar a: Kédesch avèk patiraj pa li, Dobrath avèk patiraj pa li,
1CH 6:73 Ramoth avèk patiraj pa li e Ahem avèk patiraj li,
1CH 6:74 epi soti nan tribi Aser, Maschal avèk patiraj pa li; Abdon avèk patiraj pa li,
1CH 6:75 Hukok avèk patiraj pa li e Rehob avèk patiraj pa li;
1CH 6:76 epi soti nan tribi Nephthali, Kédesch nan Galilée avèk patiraj pa li, Hammon avèk patiraj pa li e Kir-jathaïm avèk patiraj pa li.
1CH 6:77 Pou rès nan Levit yo, fis a Merari yo: te resevwa soti nan tribi Zabulon, Rimmono avèk patiraj pa li;
1CH 6:78 epi lòtbò Jourdain an nan Jéricho, nan kote lès Jourdain an, te bay a yo menm soti nan tribi Ruben an: Betser nan dezè a avèk patiraj pa li yo ak Jahtsa avèk patiraj pa li,
1CH 6:79 Kedémoth avèk patiraj pa li ak Méphaath avèk patiraj pa li;
1CH 6:80 epi soti nan tribi a Gad la; te bay Ramoth nan Galaad avèk patiraj pa li, Mahanaïm avèk patiraj pa li,
1CH 6:81 Hesbon avèk patiraj pa li, ak Jaezer avèk patiraj pa li.
1CH 7:1 Alò, fis a Issacar yo se te kat: Thola, Pua, Jaschub avèk Schimron.
1CH 7:2 Fis a Thola yo te Uzzi, Rephaja, Jeriel, Jachmaï, Jibsam ak Samuel, chèf lakay zansèt pa yo a. Fis a Thola yo te mesye gwo kouraj nan jenerasyon pa yo; fòs kantite yo nan jou a David yo te venn-de-mil-sis-san.
1CH 7:3 Fis a Uzzi a te Jizrachja. Fis a Jizrachja yo: Micaël, Abdias, Joël, Jischija; tout nan senk sa yo se te moun chèf yo te ye.
1CH 7:4 Avèk yo pa jenerasyon pa yo selon lakay zansèt pa yo, te trann-si-mil sòlda nan lame pou fè lagè, paske yo te gen anpil madanm avèk fis.
1CH 7:5 Fanmi pa yo pami tout fanmi a Issacar yo te mesye gwo kouraj, anrejistre selon zansèt pa yo; antou, katre-ven-mil sòlda.
1CH 7:6 Fis a Benjamin yo se te twa: Béla, Béker avèk Jediaël.
1CH 7:7 Fis Bela yo te senk: Etsbon, Uzzi, Uziel, Jerimoth avèk Iri. Yo te chèf lakay zansèt pa yo, mesye ak gwo kouraj e yo te venn-de-mil-trant-kat anrejistre pa zansèt pa yo.
1CH 7:8 Fis a Béker yo: Zemira, Joasch, Éliézer, Eljoénaï, Omri, Jerémoth, Abija, Anathoth avèk Alameth; tout nan senk sa yo te fis a Béker.
1CH 7:9 Yo te anrejistre pa zansèt pa yo selon jenerasyon pa yo, chèf lakay zansèt pa yo, ven-mil-de-san mesye ak gwo kouraj.
1CH 7:10 Fis a Jediaël la: Bilhan. Fis a Bilhan yo: Jeusch, Benjamin, Éhud, Kenaana, Zéthan, Tarsis ak Achischachar,
1CH 7:11 Tout sila yo te fis a Jediaël, selon chèf a lakay papa yo, di-sèt mil-de-san mesye ak gwo kouraj ki te prè pou sòti fè lagè avèk lame a.
1CH 7:12 Schuppim avèk Huppim te fis a Ir yo; Huschim te fis a Acher a.
1CH 7:13 Fis a Nephthali yo: Jahtsiel, Guni, Jetser avèk Schallum, fis a Bilha yo.
1CH 7:14 Fis a Manassé yo: Asriel, fèt pa ti mennaj Siryen li an; li te fè Makir, papa a Galaad.
1CH 7:15 Makir te pran yon madanm pou Huppim ak Schuppim. Non a sè li a te Maaca. Non a dezyèm fis la te Tselophchad; epi Tselophchad te gen fi.
1CH 7:16 Maaca, madanm a Mamakir a te fè yon fis e te rele li Péresch; non a frè li a te Schéresch e fis pa li yo te Ulam avèk Rékem.
1CH 7:17 Fis a Ulam la te Bedan. Sila yo te fis a Galaad, fis a Makir a, fis a Manassé a.
1CH 7:18 Sè li, Hammoléketh te fè Ischhod, Abiézer ak Machla.
1CH 7:19 Fis a Schemida yo te Achjan, Sichem, Likchi ak Aniam.
1CH 7:20 Fis a Éphraïm yo: Schutélach; Béred, fis pa li; Thachath, fis pa li; Éleada, fis pa li; Thachath, fis pa li;
1CH 7:21 Zabad, fis li; Schutélach, fis li; Ézer avèk Élead ki mesye Gath ki te fèt nan peyi yo te touye, akoz yo te desann pou vòlè bèt yo.
1CH 7:22 Papa yo, Éphraïm te kriye pandan anpil jou e fanmi li te vini rekonfòte l.
1CH 7:23 Epi li te vin antre nan madanm li, li te vin ansent, li te fè yon fis e li te bay li non Beria, akoz malè ki te rive lakay li a.
1CH 7:24 Fi li a se te Scheera, ki te bati ni ba ni wo Beth-Horon, avèk Uzzen-Schééra.
1CH 7:25 Réphach, fis li a ak Rescheph; Thélach, fis li a; Thachan, fis li a;
1CH 7:26 Laedan, fis li a; Ammihud, fis li a; Élischama, fis li a;
1CH 7:27 Nun, fis li a; Josué, fis li a.
1CH 7:28 Tèritwa pa yo avèk anplasman pa yo te Béthel avèk vil pa li yo ak nan lès Naaran; nan lwès, Guézer avèk vil pa li yo, Sichem avèk vil pa li yo, jis rive Gaza avèk vil pa li yo e Sichem avèk vil pa li yo jis rive nan Ayya avèk vil pa li yo,
1CH 7:29 epi tou, nan longè fwontyè a fis Manassé yo, Beth-Schean avèk vil pa li yo, Thaanac avèk vil pa li yo, Meguiddo avèk vil pa li yo, Dor avèk vil pa li yo. Nan sila yo, te viv fis a Joseph yo, fis a Israël a.
1CH 7:30 Fis a Aser yo: Jimna, Jischiva, Jischvi ak Beria; avèk Sérach, sè yo.
1CH 7:31 Fis a Beria yo: Héber avèk Malkiel, ki te papa a Birzaith.
1CH 7:32 Héber te vin papa a Japhleth, Schomer avèk Hotham ak Schua, sè yo.
1CH 7:33 Fis a Japhleth yo: Pasac, Bimhal ak Aschvath. Sila yo se te fis a Japhleth yo.
1CH 7:34 Fis a Schamer yo: Achi, Rohega, Hubba ak Aram.
1CH 7:35 Fis a Hélem yo, frè li a: Tsophach, Jimna, Schélèsch ak Amal.
1CH 7:36 Fis a Tsophach yo: Suach, Harnépher, Schual, Béri, Jimra,
1CH 7:37 Betser, Hod, Schamma, Schilscha, Jithran ak Beéra.
1CH 7:38 Fis a Jéther yo: Jephunné, Pispa ak Ara.
1CH 7:39 Fis a Ulla yo: Arach, Hanniel ak Ritsja.
1CH 7:40 Tout sila yo te fis a Aser, chèf lakay zansèt pa yo, mesye byen chwazi, byen fò e plen ak kouraj, chèf an tèt sou chèf yo. Epi non pa yo anrejistre selon zansèt pa yo, pou sèvis lagè te venn-si-mil òm.
1CH 8:1 Benjamin te devni papa a Bela, premye ne li a, Ashbel, dezyèm nan, Aharah, twazyèm nan,
1CH 8:2 Nocha, katriyèm nan ak Rapha, senkyèm nan.
1CH 8:3 Bela te fè fis: Addar, Guéra, Abihud,
1CH 8:4 Abischua, Naaman, Achoach,
1CH 8:5 Guéra, Schephuphan ak Huram.
1CH 8:6 Men fis a Echud yo, ki te chèf nan fanmi pa yo pami moun Guéba yo e ki te pote an egzil nan Manachath:
1CH 8:7 Naaman, Achija ak Guéra. Guéra, sila ki te ale an egzil la, te devni papa a Uzza avèk Achichud.
1CH 8:8 Schacharaïm te fè pitit nan peyi Moab lè li te fin fè sòti madanm li yo, Hushim ak Baara.
1CH 8:9 Avèk Hodesch, madanm li an, li te devni papa a Jobab, Tsibja, Méscha, Malcam,
1CH 8:10 Jeuts, Schocja ak Mirma. Sila yo se te fis li yo, chèf lakay zansèt pa yo
1CH 8:11 Pa Huschim, li menm Schacharaïm te vin papa Abithub avèk Eipaal.
1CH 8:12 Fis a Elpaal yo: Éber, Mischeam, avèk Schémer, ki te bati Ono avèk Lod avèk vil pa li yo;
1CH 8:13 epi Beria avèk Schéma, ki te chèf lakay fanmi zansèt pa yo pami moun Ajalon yo, ki te fè moun Gath yo sove ale,
1CH 8:14 epi Achjo, Schaschak, Jerémpoth,
1CH 8:15 Zebadja, Arad, Éder,
1CH 8:16 Micaël, Jischpha avèk Jocha te fis a Beria.
1CH 8:17 Zebadja, Meschullam, Hizki, Héber,
1CH 8:18 Jischmeraï, Jizlia avèk Jobab te fis a Elpaal.
1CH 8:19 Jakim, Zicri, Zabdi,
1CH 8:20 Éliénaï, Tsilthaï, Éliel,
1CH 8:21 Adaja, Beraja ak Schimrath te fis a Shimei.
1CH 8:22 Jischpan, Éber, Éliel,
1CH 8:23 Abdon, Zicri, Hanan,
1CH 8:24 Hananja, Élam, Anthothija,
1CH 8:25 Jiphdeja avèk Penuel te fis a Schaschak.
1CH 8:26 Schamscheraï, Schecharia, Athalia,
1CH 8:27 Jaaréschia, Élija ak Zicri te fis a Jerocham.
1CH 8:28 Sila yo se te chèf a fanmi zansèt pa yo selon jenerasyon pa yo, chèf ki te rete Jérusalem yo,
1CH 8:29 Alò, nan Gabaon, te rete Jeiel, papa a Gabaon an e madanm li te rele Maaca;
1CH 8:30 epi fis premye ne pa l la se te Abdon ak Tsus, Kis, Baal, Nadab,
1CH 8:31 Guedor, Achjo ak Jéker.
1CH 8:32 Mikloth te fè Schimea. Yo menm tou te rete Jérusalem avèk fanmi pa yo anfas lòt moun fanmi pa yo.
1CH 8:33 Ner te vin papa a Kis e Kis te vin papa a Saül: Saül te vin papa a Jonathan, Malki-Schua, Abinadab ak Eschbaal.
1CH 8:34 Fis a Jonathan yo: Merib-Baal. Merib-Baal te fè Michée.
1CH 8:35 Fis a Michée yo: Pithon, Mélec, Thaeréa avèk Achaz.
1CH 8:36 Achaz te fè Jehoadda; Jehoadda te fè Alémeth, Azmaveth avèk Zimri; Zimri te fè Motsa;
1CH 8:37 Motsa te fè Binea. Rapha te fis pa li; Éleasa, fis pa li a, Atsel, fis pa li a;
1CH 8:38 Atsel te fè sis fis; men non yo: Azrikam, Bocru, Ismaël, Schearia, Abdias avèk Hanan. Tout sa yo se te fis a Atsel yo.
1CH 8:39 Fis a Éschek yo, frè li a: Ulam, premye ne li a, Jeusch, dezyèm nan ak Éliphéleth, twazyèm nan.
1CH 8:40 Fis a Ulam yo te mesye pwisan, ranpli ak kouraj, achè yo, avèk anpil fis e fis a fis, san-senkant antou. Tout sa yo se te fis a Benjamin.
1CH 9:1 Konsa, tout Israël te anrejistre pa zansèt yo; epi men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël yo. Epi Juda te pote ale an egzil Babylone, akoz enfidelite li yo.
1CH 9:2 Premye moun ki te vin abite ankò nan tèritwa sila yo, nan vil pa yo, se te Israël, prèt Levit yo ak sèvitè tanp yo.
1CH 9:3 Kèk nan fis Juda yo, nan fis Benjamin yo ak nan fis a Éphraïm yo avèk Manasée te rete Jérusalem:
1CH 9:4 Uthaï, fis a Ammihud la, fis a Omri a, fis a Imri a, fis a Bani a, soti nan fis Pérets yo, fis a Juda a,
1CH 9:5 Soti nan Shilonit yo: Asaja, premye ne a avèk fis li yo.
1CH 9:6 Soti nan fis Zérach yo: Jeuel, avèk moun fanmi li yo, sis-san-katre-ven-dis nan yo.
1CH 9:7 Soti nan fis Benjamin yo: Sallu, fis a Meschullam nan, fis a Hodavia a, fis a Assenua a;
1CH 9:8 epi Jibneja, fis a Jerocham nan; Éla, fis a Uzzi a, fis a Micri a; epi Meschullam, fis a Schephathia a, fis a Reuel la, fis a Jibnija a;
1CH 9:9 avèk fanmi pa yo selon zansèt pa yo, nèf-san-senkant-sis. Tout sila yo se te chèf lakay zansèt pa yo selon lakay papa yo.
1CH 9:10 Soti nan prèt yo te: Jedaeja, Jehorjarib, Jakin;
1CH 9:11 Azaria, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, chèf lakay Bondye a;
1CH 9:12 Addaja, fis a Jerocham nan, fis a Paschur a, fis a Malkija a; Maesaï, fis a Adiel la, fis a Jachzéra a, fis a Meschullam nan, fis a Meschillémith la, fis a Immer a;
1CH 9:13 epi fanmi pa yo, chèf lakay zansèt pa yo, mil-sèt-san-swasant, mesye ak gwo kapasite pou lèv lakay Bondye a.
1CH 9:14 Nan Levit yo: Schemaeja, fis a Haschub la, fis a Azrikam nan, fis a Haschabia a, fis a Merari yo;
1CH 9:15 Bakbakkar, Héresch, Galal, Matthania, fis a Michée a, fis a Zicri a, fis a Asaph la;
1CH 9:16 Abdias, fis a Schemaeja a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan ak Bérékia, fis a Asa a, fis a Elkana a, ki te rete nan vil Netofatyen yo.
1CH 9:17 Alò, gadyen pòtay yo te Schallum, Akkub, Thalmon, Achiman avèk fanmi pa yo (Schallum, ki te chèf la,
1CH 9:18 estasyone jis koulye a nan pòtay wa a nan kote lès la). Sila yo te gadyen pòtay pou kan a fis a Lévi yo.
1CH 9:19 Schallum, fis a Koré a, fis a Ébiasaph la, fis a Koré a, avèk fanmi lakay papa li, Koatit yo: responsab pou travay sèvis la, gadyen nan pòtay nan tant yo; epi papa yo te konn sou kan SENYÈ a; li te gadyen a antre a.
1CH 9:20 Phinées, fis a Éléazar a, oparavan te konn chèf sou yo; epi SENYÈ a te avèk li.
1CH 9:21 Zacharie, fis a Meschélémia a, te gadyen pòtay a antre tant asanble a.
1CH 9:22 Total nan sila ki te chwazi kon gadyen pòtay nan pòt yo te de-san-douz. Sila yo te anrejistre pa zansèt pa yo nan vil pa yo, ki te chwazi pa David avèk Samuel, konseye a, nan pozisyon konfyans sila a.
1CH 9:23 Konsa, yo menm avèk fis pa yo te responsab pòtay lakay SENYÈ a, lakay tant lan, kon gadyen.
1CH 9:24 Gadyen pòtay yo te sou toule kat kote yo, nan lès, lwès, nan nò ak nan sid.
1CH 9:25 Manm fanmi pa yo nan lavil pa yo te dwe antre chak sèt jou soti de tanzantan pou yo ta kapab avèk yo;
1CH 9:26 paske kat chèf gadyen pòtay ki te Levit yo, te nan yon pozisyon konfyans, e te sou chanm yo, ak sou trezò lakay Bondye a.
1CH 9:27 Yo te pase nwit lan nan landwa lakay Bondye a, akoz yo te responsab veye nwit lan; epi yo te responsab ouvri li maten pa maten.
1CH 9:28 Alò, kèk nan yo te an chaj zouti sèvis yo; paske yo te kontwole yo lè yo te mennen yo antre ak lè yo te sòti.
1CH 9:29 Anplis, kèk nan yo te chwazi mèb ak tout zouti sanktyè a, sou farin fen an, diven an, lwil la ak lansan an avèk epis yo.
1CH 9:30 Kèk nan fis a prèt yo te prepare melanj epis yo.
1CH 9:31 Matthithia, youn nan Levit yo, premye ne a Schallum nan, Koatit la, te responsab bay yo sa ki te kwit nan kivèt yo.
1CH 9:32 Epi kèk nan fanmi a fis Koatit yo te sou pen konsakre a pou prepare li pou chak Saba.
1CH 9:33 Alò, sila yo se te chantè a Levit yo, ki te rete nan chanm tanp yo, pwiske yo te angaje nan travay pa yo lajounen kon lannwit.
1CH 9:34 Sila yo te chèf a lakay zansèt yo pami Levit yo selon jenerasyon pa yo, mesye dirijan ki te rete Jérusalem yo.
1CH 9:35 Jeïel, papa a Gabaon an te rete Gabaon e madanm li te rele Maacah,
1CH 9:36 epi premye ne li a te Abdon ak Tsur, Kis, Baal, Ner, Nadab,
1CH 9:37 Guedor, Achjo, Zacharie ak Mikoth.
1CH 9:38 Mikloth te fè Schimeam. Epi yo menm tou te rete avèk fanmi pa yo Jérusalem anfas fanmi pa yo.
1CH 9:39 Ner te vin papa a Kish, Kish te vin papa a Saül. Saül te vin papa a Jonathan, Malki-Schua, Abinadab ak Eschbaal.
1CH 9:40 Fis a Jonathan an: Merib-Baal. Merib-Baal te vin papa a Michée.
1CH 9:41 Fis a Michée yo: Pithon, Mélec ak Thachréa.
1CH 9:42 Achaz te fè Jaera; Jaera te fè Alémeth, Azmaveth ak Zimri; Zimri te fè Motsa; Motsa te fè Binea.
1CH 9:43 Motsa te vin papa a Rephaja; Éleasa, fis li a; Arsel, fis li a.
1CH 9:44 Atsel te fè sis fis; men non yo: Azrikam, Bocru, Ismaël, Schearia, Abidias avèk Hanan. Sila yo se te fis a Atsel yo.
1CH 10:1 Alò, Filisten yo te goumen kont Israël; epi mesye Israël yo te sove ale devan Filisten yo e te mouri sou Mòn Guilboa.
1CH 10:2 Filisten yo te kouri prese dèyè Saül avèk fis li yo, e Filisten yo te touye Jonathan, Abinadab ak Malki-Schua, fis a Saül yo.
1CH 10:3 Batay la te vin rèd kont Saül e ekip banza yo te rive sou li. Konsa li te blese pa ekip banza yo.
1CH 10:4 Alò, Saül te di a sila ki te pote zam li yo: “Rale nepe ou e frennen m nèt avè l pou ensikonsi sila yo pa vin abize mwen.” Men pòtè zam li yo pa t fè l, paske li te krent anpil. Pou sa, Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.
1CH 10:5 Lè pòtè zam li an te wè ke li te mouri, li menm tou te tonbe sou nepe li e te mouri.
1CH 10:6 Konsa, Saul te mouri avèk twa fis li yo, e tout lakay li te mouri ansanm.
1CH 10:7 Lè tout mesye Israël ki te nan vale yo, te wè ke yo te sove ale, e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te sove ale kite vil yo. Epi Filisten yo te vin rete ladan yo.
1CH 10:8 Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa a.
1CH 10:9 Konsa, yo te depouye li e te pran tèt li avèk zam avèk boukliye li yo e te voye mesaje antoure tout peyi Filisten yo pou pote bòn nouvèl la rive nan zidòl pa yo avèk pèp la.
1CH 10:10 Yo te mete zam avèk boukliye li yo lakay dye pa yo e te tache kole tèt li lakay Dagon an.
1CH 10:11 Lè tout moun Jabès-Galaad yo te tande tout sa ke Filisten yo te fè a Saül,
1CH 10:12 tout mesye gwo kouraj yo te leve e pran kò a Saül avèk kò a fis li yo pou te pote yo Jabès, yo te antere yo anba chenn nan Jabès e te fè jèn pandan sèt jou.
1CH 10:13 Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy,
1CH 10:14 epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.
1CH 11:1 Epi tout Israël te reyini kote David nan Hébron. Yo te di: “Gade byen, nou se zo ou ak chè ou.
1CH 11:2 Nan tan pase yo, menm lè Saül te wa, se te ou menm ki te mennen Israël sòti ak antre. Epi konsa, SENYÈ a, Bondye ou a, te di ou: ‘Ou va bèje pèp Israël Mwen an, e ou va Prens sou pèp Mwen an, Israël.’”
1CH 11:3 Pou sa, tout ansyen nan Israël yo te vin kote wa a Hébron e David te fè yon akò avèk yo Hébron devan SENYÈ a. Epi yo te onksyone David Wa sou Israël, selon pawòl SENYÈ a te pwononse pa Samuel la.
1CH 11:4 Konsa, David, avèk tout Israël te ale Jérusalem (sa vle di, Jébus). Jebizyen ki te abite nan peyi yo te la.
1CH 11:5 Pèp Jébus la te di a David: “Ou p ap antre isit la.” Malgre sa, David te kaptire fò a Sion an (sa vle di, vil David la).
1CH 11:6 Alò, David te pale avan: “Nenpòt moun ki touye yon Jebizyen avan, se li k ap chèf e kòmandan.” Se te Joab, fis a Tseruja a ki te monte avan; konsa li te devni chèf.
1CH 11:7 Answit, David te rete nan fò a; pou sa, li te vin rele lavil David la.
1CH 11:8 Li te bati vil toutotou li, soti nan Millo menm pou rive nan tout zòn ki te antoure li yo; epi Joab te repare tout rès vil la.
1CH 11:9 David te vin pi gran e pi gran, paske SENYÈ a dèzame yo te avèk li.
1CH 11:10 Alò, sila yo se chèf an tèt yo, mesye gran pwisans ke David te genyen yo, ki te bay li soutyen fò nan wayòm li a, pou fè l vin wa, selon pawòl a SENYÈ a pa Israël.
1CH 11:11 Sila yo se chif a mesye gran pwisans ke David te genyen yo: Jaschobeam, fis a yon Akmoni, chèf a trant lan. Li te parèt ak yon sèl lans devan twa-san òm e te touye tout yon sèl kou.
1CH 11:12 Apre li, se te Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la, youn nan twa prensipal mesye pwisan yo.
1CH 11:13 Li te avèk David nan Pas-Damimim lè Filisten yo te rasanble ansanm la pou batay e te gen yon mòso tè plen avèk lòj; epi pèp la te sove ale devan Filisten yo.
1CH 11:14 Yo te kanpe pran plas yo nan mitan mòso tè a pou te defann li e li te touye Filisten yo; epi SENYÈ a te delivre yo avèk yon gran viktwa.
1CH 11:15 Alò, twa nan trant mesye chèf yo te desann vè wòch kav Adullam nan, pandan lame Filisten yo t ap fè kan nan vale Rephaïm nan.
1CH 11:16 Konsa, David te anndan fò a pandan lame Filisten an te Bethléem.
1CH 11:17 David te gen yon lanvi, epi te di: “O ke yon moun ban m dlo pou bwè soti nan pwi Bethléem ki akote pòtay la!”
1CH 11:18 Konsa, twa mesye sa yo te antre nan kan Filisten yo, te rale dlo soti nan pwi Bethléem ki te akote pòtay la e te pran li pou te pote l bay David. Sepandan, David te refize bwè l, men te vide li bay SENYÈ a.
1CH 11:19 Konsa, li te di: “Lwen de mwen devan Bondye mwen an pou m ta fè sa. Èske mwen ta bwè san a mesye sila yo ki te riske lavi yo? Paske se avèk gwo danje lavi yo menm ke yo te pote li.” Pou sa, li te refize bwè l. Se bagay sila yo ke twa mesye pwisan yo te fè.
1CH 11:20 Epi Abischaï, frè a Joab la te chèf a trant yo ke li te ye e li te voye lans li kont twa san moun e te touye yo. Li te rekonèt menm jan kon trant yo.
1CH 11:21 Nan trant yo se te li ki te pi rekonèt e te devni kòmandan pa yo; men li pa t rive nan nivo a twa sila yo.
1CH 11:22 Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye gwo kouraj nan Kabtseel, pwisan nan zèv li yo, te frape touye de fis a Ariël yo, Moabit la. Anplis, li te desann touye yon lyon anndan yon fòs nan yon jou ke lanèj t ap tonbe.
1CH 11:23 Li te touye yon Ejipsyen, yon nonm gran wotè a senk koude. Alò, nan men Ejipsyen an, te gen yon lans tankou shaf a aparèy tise a; men li te desann kote li avèk yon baton, te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans pa li a.
1CH 11:24 Bagay sa yo Benaja, fis a Jehojada a te fè e te byen koni menm jan ak twa mesye pwisan yo.
1CH 11:25 Gade byen, li te byen onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa sila yo. Konsa, David te apwente l sou gad pa li.
1CH 11:26 Alò, mesye pwisan lame yo te Asaël, frè Joab, Elchanan, fis a Dodo nan Bethléem,
1CH 11:27 Schammoth, Aworit la, Hélets, Palonit la,
1CH 11:28 Ira, fis a Ikkesch la, Tekoatyen an, Abiézer, Anatotit la.
1CH 11:29 Sibbecaï, Oushatit la, Ilaï, Achoachit la,
1CH 11:30 Maharaï, Netofayit la, Héled, fis a Baana a, Netofayit la,
1CH 11:31 Ithaï, fis a Ribaï a, Gibityen ki sòti nan fis a Benjamin yo, Benaja ak Pirathon.
1CH 11:32 Huraï a ti dlo a Gaash yo, Abie ak Araba.
1CH 11:33 Azmaveth, Bacharumit la, Éliachba, Shaalbonit lan,
1CH 11:34 Bené-Hasdchem, Gizonit lan, Jonathan, fis a Schagué a, Ararit la.
1CH 11:35 Achiam, fis a Sacar a, Ararit la, Éliphal, fis a Ur a,
1CH 11:36 Hépher, a Mekeratit la, Achija, Palonit lan,
1CH 11:37 Hetsro, Kamelit la, Naaraï, fis a Ebzaï a.
1CH 11:38 Joël, frè a Nathan an, Mibchar, fis a Hagri a,
1CH 11:39 Tsélek, Amonit lan, Nachraï, Bewotit ki te pote zam pou Joab yo, fis a Tseruja a.
1CH 11:40 Ira, Jeterit la, Gareb, Jeterit la,
1CH 11:41 Urie, Etyen an, Zabad, fis a Achlaï a.
1CH 11:42 Adina, fis a Schiza a, Ribenit lan, chèf a Ribenit yo ak trant ki te avè l yo.
1CH 11:43 Hanan, fis a Maaca a, Josaphat, Mitnit lan,
1CH 11:44 Ozias, Ashtawotit la, Schama avèk Jehiel, fis a Hotham yo, Awoerit la,
1CH 11:45 Jediaël, fis a Schimri a, Jocha, frè li, Titsit la,
1CH 11:46 Éliel, Machavimit lan, Jeribaï avèk Joschavia, fis a Elnaam yo, Jithma, Moabit la,
1CH 11:47 Éliel, Obed ak Jaasiel-Metsobaja.
1CH 12:1 Alò, sila yo se sila ki te vin kote David Tsiklag yo, lè li te toujou jennen akoz Saül, fis a Kish la. Yo te pami mesye pwisan ki te ede nan gè yo.
1CH 12:2 Yo te pote banza, te voye wòch avèk fistibal ni sou men dwat, ni sou men goch, e tire flèch yo ak banza a. Se te fanmi a Saul, soti nan tribi Benjamin an.
1CH 12:3 Chèf la te Achiézer, swivi pa Joas, fis a Schemaa a, Gibeonit lan; Jeziel ak Péleth, fis a Azmaveth yo; epi Beraca; Jéhu, Anatotit la;
1CH 12:4 Jischmaeia, Gabaonit lan, yon mesye pwisan pami trant yo, e tèt a trant yo, epi Jérémie; Jachaziel; Jochannan'; Jozabad, Guedérait la;
1CH 12:5 Éluzaï; Jerimoth; Bealia; Schemaria; Schephathia, Awofit la;
1CH 12:6 Elkana, Jeschija, Azareel, Joézer ak Jaschobeam, Koreyit yo;
1CH 12:7 ak Joéla avèk Zebadia, fis a Jerocham yo, Gedorit la.
1CH 12:8 Soti nan Gadit yo, te antre rive kote David nan fò dezè a, mesye pwisan avèk anpil kouraj ki te fè antrenman pou fè lagè, ki te konn manyen boukliye avèk lans, avèk figi yo tankou figi a lyon, e yo vit tankou antilòp nan mòn.
1CH 12:9 Ézer, chèf la, Abdias, dezyèm nan, Éliab, twazyèm nan,
1CH 12:10 Mischmanna, katriyèm nan, Jérémie, senkyèm nan,
1CH 12:11 Attaï, sizyèm nan, Éliel, setyèm nan,
1CH 12:12 Jochanan, uityèm nan, Elzabad, nevyèm nan,
1CH 12:13 Jérémie, dizyèm nan, Macbannaï, onzyèm nan.
1CH 12:14 Sila yo se fis a Gad ki te kapitèn lame a; sila ki te pi piti a te egal a yon santèn moun e pifò a, a yon milye.
1CH 12:15 Sila yo se sila ki te travèse Jourdain an nan premye mwa lè tout bò rivyè li yo t ap debòde yo. Yo te chase fè pran flit tout sila ki te nan vale yo, nan lès ak nan lwès.
1CH 12:16 Konsa, kèk nan fis a Benjamin yo te vin rive nan fò a David la.
1CH 12:17 David te sòti pou rankontre yo. Li te di yo: “Si se nan lapè nou vin kote mwen, pou ede m, kè m va reyini ansanm avèk nou. Men si se pou trayi mwen a advèsè mwen yo, akoz nanpwen mal nan men m, ke Bondye a zansèt nou yo gade sou sa pou deside.”
1CH 12:18 Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo, “Nou se pa w, O David, Epi avèk ou, O fis a Jesse a! Lapè, lapè a ou menm Epi lapè avèk sila ki ede ou! Anverite, Bondye ou a ap ede ou!” Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.
1CH 12:19 Soti nan Manassé, osi, kèk moun te vin jwenn David lè li t ap prepare fè batay avèk Filisten yo kont Saül. Men yo pa t ede yo, paske chèf Filisten apre yo te konsilte ansanm, e te voye li ale. Yo te di: “Avèk pri a pwòp tèt nou, li kapab fè defo a mèt li, Saul.”
1CH 12:20 Lè l te ale Tsiklag, men moun Manassé ki te parèt yo: Adnach, Jozabad, Jediaël, Micaël, Jozabad, Élihu ak Tsilthaï, chèf a dè milye nan Manassé yo.
1CH 12:21 Yo te ede David kont bann piyajè yo, paske yo tout te mesye pwisan, plen ak kouraj e te kapitèn nan lame a.
1CH 12:22 Paske jou apre jou, moun te vin kote David pou ede l, jiskaske te gen yon gwo lame tankou lame Bondye a.
1CH 12:23 Alò sila yo se nonb nan divizyon ki te prepare pou fè lagè a, nonb ki te vin kote David Hébron pou vire wayòm Saul la vè li menm, selon pawòl a SENYÈ a.
1CH 12:24 Fis a Juda ki te pote boukliye avèk lans yo te si-mil-ui-san, byen prepare pou fè lagè.
1CH 12:25 Nan fis a Siméon yo, mesye plen ak kouraj pou fè lagè yo, sèt-mil-san.
1CH 12:26 Nan fis a Lévi yo, kat-mil-sis-san.
1CH 12:27 Alò, Jehojada, prens lakay Aaron an e avèk li, te gen twa-mil-sèt-san,
1CH 12:28 anplis, Tsadok, gèrye plen ak kouraj la e lakay papa l te gen venn-de kapitèn.
1CH 12:29 Nan fis Benjamin yo, fanmi a Saül la, twa-mil, paske jis moman sa a, pifò nan yo te rete fidèl a lakay Saul.
1CH 12:30 Nan fis Éphraïm yo, ven-mil-ui-san mesye pwisan avèk anpil kouraj, byen koni lakay zansèt pa yo.
1CH 12:31 Nan mwatye tribi Manassé a, diz-ui-mil ki te enskri pa non pou vin fè David wa.
1CH 12:32 Nan fis a Issacar yo, mesye ki te konprann tan yo, avèk konesans a sa ke Israël ta dwe fè, chèf pa yo te de-san; epi tout fanmi yo te sou kòmann pa yo.
1CH 12:33 Nan Zabulon, te gen senkant-mil moun ki te parèt nan lame a ki te konn ranje kò yo nan fòmasyon batay avèk tout kalite zam lagè pou te ede David avèk kè ki pa t divize menm.
1CH 12:34 Nan Nephthali, te gen mil kapitèn e trant-sèt-mil ladann te gen boukliye avèk lans.
1CH 12:35 Nan Danit ki ta kab ranje nan fòmasyon batay yo, te gen venn-tui-mil-sis-san.
1CH 12:36 Nan Aser, te gen karant-mil ki te sòti nan lame a pou ranje yo nan fòmasyon batay la.
1CH 12:37 Soti lòtbò Jourdain an, pa Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, te gen san-ven-mil avèk tout zam lagè pou batay la.
1CH 12:38 Tout sila yo, mesye lagè ki te konn ranje nan fòmasyon batay yo, te vini Hébron avèk yon sèl kè sensè pou fè David wa.
1CH 12:39 Yo te la pandan twa jou. Yo t ap manje ak bwè, paske fanmi pa yo te gen tan prepare pou yo.
1CH 12:40 Anplis, sila ki te toupre yo, menm rive lwen tankou Issacar, Zabulon ak Nephthali, yo te pote manje sou bourik yo, chamo yo, milèt yo, avèk bèf yo, gran kantite a gato farin, gato fig etranje, anpil rezen, diven, lwil, bèf avèk mouton. Vrèman, te gen lajwa an Israël.
1CH 13:1 Alò, David te fè konsèy ansanm avèk kapitèn a dè milye a dè santèn, menm avèk chak chèf.
1CH 13:2 David te di a tout asanble Israël la: “Si li sanble bon a nou menm e si li soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, annou voye toupatou mesaje a fanmi pa nou ki rete nan peyi Israël yo e osi, a prèt avèk Levit ki avèk yo nan vil pa yo, avèk tèren pa yo, pou yo kapab reyini ansanm avèk nou.
1CH 13:3 Konsa, annou pote tounen lach Bondye pa nou an, paske nan jou Saül yo, nou pa t chache li.”
1CH 13:4 Alò, tout asanble a te di ke yo ta fè l, paske bagay la te bon nan zye a tout pèp la.
1CH 13:5 Konsa, David te rasanble tout Israël ansanm, soti nan Sichor nan Egypte jis rive nan antre Hamath, pou pote lach Bondye a soti Kirjath-Jearim.
1CH 13:6 David avèk tout Israël te monte Baalah, sa vle di nan Kirjath-Jearim, ki apatyen a Juda, pou pote monte soti la, lach Bondye a, SENYÈ a, ki sou twòn li antre cheriben yo, kote non Li ap rele a.
1CH 13:7 Yo te pote lach Bondye a sou yon kabwèt nèf soti lakay Abinadab, Uzza avèk Achjo te kondwi kabwèt la.
1CH 13:8 David avèk tout Israël t ap selebre devan Bondye avèk tout fòs yo, menm avèk chan, avèk gita yo, ap yo, tanbouren yo, senbal yo ak twonpèt yo.
1CH 13:9 Lè yo te rive nan glasi vannen an nan Cidon, Uzza te lonje men l pou bay soutyen a lach la akoz bèf yo te prèt pou chavire l.
1CH 13:10 Lakòlè SENYÈ a te brile kont Uzza e Li te frape li akoz li te lonje men l vè lach la; epi li te mouri la devan Bondye.
1CH 13:11 Konsa, David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a te pete kont Uzza. Li te rele plas sa a Pérets-Uzza jis rive jodi a.
1CH 13:12 David te krent Bondye nan jou sa a, epi te di: “Kijan mwen kapab pote lach Bondye lakay mwen?”
1CH 13:13 Pou sa, David pa t pran lach la avèk li lavil David, men te pran l sou kote kay Obed-Édom an nan Gath.
1CH 13:14 Konsa, lach Bondye a te rete avèk fanmi a Obed-Édom lakay li pandan twa mwa. Epi SENYÈ a te beni fanmi Obed-Édom an avèk tout sa li te genyen.
1CH 14:1 Alò Hiram, wa Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd yo, mason ak chapant pou bati yon kay pou li.
1CH 14:2 Epi David te vin rekonèt ke SENYÈ a te etabli li kon wa sou Israël, epi ke wayòm li an te egzalte byen wo pou koz pèp li a, Israël.
1CH 14:3 David te pran plis madanm Jérusalem, e David te vin papa a plis fis ak fi.
1CH 14:4 Sila yo se non a pitit ki ne a li menm Jérusalem yo: Schammau, Schobab, Nathan, Salomon,
1CH 14:5 Jibhar, Élischua, Elphéleth,
1CH 14:6 Noga, Népheg, Japhia,
1CH 14:7 Élischama, Beéliada ak Éliphéleth.
1CH 14:8 Lè Filisten yo te tande ke David te onksyone wa sou tout Israël, tout Filisten yo te monte pou rankontre David. Lè David te tande sa li te sòti kont yo.
1CH 14:9 Alò, Filisten yo te vini e te fè yon atak nan vale Rephaïm nan.
1CH 14:10 David te mande Bondye, epi te di: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men m?” SENYÈ a te di li: “Monte, paske Mwen va livre yo nan men ou.”
1CH 14:11 Konsa, yo te rive monte Baal-Peratsim, e David te bat yo la. David te di: “Bondye te kraze lènmi mwen yo pa men mwen kon dlo k ap pete.” Pou sa, yo te rele plas sa a Baal-Peratsim.
1CH 14:12 Yo te abandone dye pa yo la. David te bay lòd pou yo te brile yo avèk dife.
1CH 14:13 Filisten yo te fè yon lòt atak nan vale a.
1CH 14:14 David te mande a Bondye ankò e Bondye te di li: “Ou pa pou monte kont yo. Ansèkle yo pa dèyè e vini sou yo devan pye balzam yo.
1CH 14:15 Li va vin rive ke lè ou tande son mache a nan tèt pye balzam yo, alò, ou va sòti nan batay la; paske Bondye va gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten yo.”
1CH 14:16 David te fè menm sa ke Bondye te kòmande li. Yo te frape desann lame Filisten yo soti Gabaon jis rive menm nan Guézer.
1CH 14:17 Rekonesans a David te sòti rive nan tout peyi yo, epi SENYÈ a te mennen lakrent li sou tout nasyon yo.
1CH 15:1 Alò, David te bati kay pou li menm nan lavil David. Epi li te prepare yon plas pou lach Bondye a e te monte yon tant pou li.
1CH 15:2 Alò, David te di: “Pèsòn pa pou pote lach Bondye a sof ke Levit yo, paske SENYÈ a te chwazi yo pou pote lach Bondye a e pou fè sèvis a Li pou tout tan.”
1CH 15:3 Konsa, David te rasanble tout Israël Jérusalem pou pote fè monte lach Bondye a nan plas ke li te prepare pou li a.
1CH 15:4 David te rasanble tout fis a Aaron yo ak Levit yo:
1CH 15:5 Fis a Kehath yo, Uriel, chèf avèk frè li yo ak san-ven nan moun fanmi li yo;
1CH 15:6 fis a Merari yo, Asaja, chèf la ak de-san-ven nan fanmi pa li yo;
1CH 15:7 nan fis a Guerschom yo, Joël, chèf la ak san-trant nan fanmi pa li yo;
1CH 15:8 nan fis a Élitsaphan yo, Schemaeja, chèf la ak de-san nan fanmi pa li yo;
1CH 15:9 nan fis a Hébron yo, Éliel, chèf la ak katre-ven mesye nan fanmi pa li yo;
1CH 15:10 nan fis a Uziel yo, Amminadab, chèf la ak san-douz mesye nan fanmi pa li yo.
1CH 15:11 Alò, David te rele Tsadok ak Abiathar, prèt yo ak Levit yo, Uriel, Asaja, Joël, Schemaeja, Éliel ak Amminadab.
1CH 15:12 Li te di yo: “Nou se chèf lakay zansèt nou yo pou Levit yo. Konsakre nou menm, ni nou, ni manm fanmi pa nou, pou nou kapab pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la, rive nan plas ke m te prepare pou li a.
1CH 15:13 Akoz nou pa t pote l nan kòmansman an, SENYÈ a, Bondye pa nou an, te fè yon sèl pete sou nou, paske nou pa t chache Li selon règ li yo.”
1CH 15:14 Pou sa, prèt yo avèk Levit yo te konsakre yo menm pou pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la.
1CH 15:15 Fis Levit yo te pote lach Bondye a sou zepòl pa yo avèk poto ki tache ladann, kon Moïse te kòmande yo pa pawòl SENYÈ a.
1CH 15:16 Epi David te pale avèk chèf Levit yo, pou dispoze fanmi pa yo, chantè yo, avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo, senbal ki sonnen fò yo, pou fè leve kri lajwa yo.
1CH 15:17 Konsa, Levit yo te chwazi Héman, fis a Joël la e soti nan fanmi pa li a, Asaph, fis a Bérékia a; epi soti nan fis a Merari yo avèk fanmi pa yo, Éthan, fis a Kuschaja a;
1CH 15:18 epi avèk yo, fanmi a dezyèm nivo a, Zacharie, Ben, Jaaziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Benaja, Maaséja, Matthithja, Éliphelé, avèk Miknéja, ak pòtè yo, Obed-Édom avèk Jeïel, gadyen pòt yo.
1CH 15:19 Konsa chantè yo, Héman, Asaph ak Éthan pou fè sonnen senbal bwonz yo;
1CH 15:20 epi Zacharie, Aziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Maaséja ak Benaja avèk ap ki te fè son selon Alamòt la;
1CH 15:21 epi Matthithia, Éliphelé, Miknéia, Obed-Édom, Jeïel avèk Azazia, pou pran avan avèk ap uit kòd pou kondwi chan an.
1CH 15:22 Kenania, chèf Levit yo, te an chaj chante a. Li te bay enstriksyon nan chante a paske li te fò.
1CH 15:23 Bérékia avèk Elkana te gadyen pòtay pou lach la.
1CH 15:24 Schebania, Josaphat, Nethaneel, Amasaï, Zacharie, Benaja ak Éliézer, prèt yo te soufle twonpèt yo devan lach a Bondye a. Obed-Édom avèk Jechitja te gadyen pòtay lach la.
1CH 15:25 Konsa David, avèk lansyen Israël yo, avèk kapitèn a dè milye yo, te ale pou pote fè monte lach akò SENYÈ a soti lakay Obed-Édom nan mitan yon gran rejwisans.
1CH 15:26 Akoz Bondye t ap ede Levit ki t ap pote lach akò SENYÈ yo, yo te fè sakrifis sèt towo ak sèt belye.
1CH 15:27 Alò, David te abiye avèk yon manto len fen, menm avèk tout Levit ki t ap pote lach la, e chantè yo avèk Kenania, chèf mizik pami chantè yo. Epi David te abiye osi ak yon efòd an len.
1CH 15:28 Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita.
1CH 15:29 Li te rive lè lach akò SENYÈ a te vini nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade deyò fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije e selebre. Konsa, li te meprize li nan kè l.
1CH 16:1 Yo te pote lach Bondye a e te plase li nan tant ke David te fè monte pou li a. Epi yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan Bondye.
1CH 16:2 Lè David te fin fè ofrann brile ak ofrann lapè a, li te beni pèp la nan non a SENYÈ a.
1CH 16:3 Li te separe bay a chak moun Israël, ni gason, ni fanm, yo chak yon pen avèk yon pòsyon vyann ak yon gato rezen.
1CH 16:4 Li te chwazi kèk nan Levit yo pou pran chaj sèvis la devan lach SENYÈ a, pou selebre menm e bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la:
1CH 16:5 Asaph, chèf la e dezyèm apre li a, Zacharie, swiv pa Jeïel, Schemiramoth, Jehiel, Matthithia, Éliab, Benaja, Obed-Édom ak Jeïel avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo; epi Asaph sou senbal gwo bwi yo,
1CH 16:6 epi Benaja avèk Jachaziel, prèt ki t ap soufle twonpèt san rete yo devan lach akò Bondye a.
1CH 16:7 Alò, se te nan jou sa a, David te chwazi pou premye fwa a, Asaph avèk fanmi li pou bay remèsiman a SENYÈ a.
1CH 16:8 O bay remèsiman a SENYÈ a. Rele non Li. Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.
1CH 16:9 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li menm. Pale tout mèvèy Li yo.
1CH 16:10 Bay glwa a sen non Li. Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a vin ranpli ak jwa.
1CH 16:11 Chache SENYÈ a avèk fòs Li. Chache figi Li san rete.
1CH 16:12 Sonje zèv mèvèy ke Li te fè yo, mèvèy Li yo ak jijman, ki sòti depi nan bouch Li,
1CH 16:13 O desandan Israël, sèvitè Li yo, fis a Jacob yo, sila Li te chwazi yo!
1CH 16:14 Li se SENYÈ a, Bondye nou an. Jijman pa Li yo sou tout latè.
1CH 16:15 Sonje akò Li a pou tout tan, Pawòl ke Li te kòmande a mil jenerasyon yo,
1CH 16:16 akò ke li te fè avèk Abraham nan, sèman an ke Li te fè avèk Isaac la.
1CH 16:17 Li te konfime sa ak Jacob kon yon règleman, A Israël, kon yon akò ki pou tout tan,
1CH 16:18 epi te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi Canaan an kon pòsyon eritaj pa w.”
1CH 16:19 Pandan yo te piti an nonb, trè piti e etranje, yo nan li,
1CH 16:20 yo te mache toupatou nan yon nasyon a yon lòt, sòti nan yon wayòm pou rive nan yon lòt pèp.
1CH 16:21 Li pa t kite okenn moun oprime yo. Li te bay repwòch a wa yo pou koz pa yo.
1CH 16:22 Li te di “Pa touche onksyone pa M yo, ni pa fè mal a pwofèt Mwen yo.”
1CH 16:23 Chante a SENYÈ a, tout latè! Pwoklame bòn nouvèl delivrans Li jou apre jou.
1CH 16:24 Pale glwa Li pami nasyon yo, gran mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
1CH 16:25 Paske gran se SENYÈ a, e gran pou resevwa lwanj yo. Anplis, fòk nou gen lakrent Li plis pase tout lòt dye yo.
1CH 16:26 Paske tout dye a pèp yo se zidòl yo ye, men SENYÈ a te fè syèl yo.
1CH 16:27 Tout richès avèk majeste devan Li. Lafòs ak lajwa lakay Li.
1CH 16:28 Bay a SENYÈ a, O tout fanmi yo ak tout pèp yo, bay a SENYÈ a glwa avèk fòs!
1CH 16:29 Bay a SENYÈ a glwa ke non Li dwe genyen an. Pote lofrann yo vini devan L. Adore SENYÈ a avèk tout bagay sen yo.
1CH 16:30 Tranble devan Li, tout latè. Anverite, lemond etabli byen solid. Li p ap deplase menm.
1CH 16:31 Kite syèl yo kontan e kite lemond rejwi:
1CH 16:32 Kite lanmè a fè gwo bwi, avèk tout sa ki ladann! Kite chan an ranpli ak jwa, ak tout sa ki ladann!
1CH 16:33 Konsa, tout bwa forè yo va chante avèk jwa devan SENYÈ a. Paske L ap vini pou jije latè.
1CH 16:34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li, paske lanmou dous Li a se pou tout tan.
1CH 16:35 Di: “Sove nou, O Bondye a delivrans nou an! Ranmase nou pou sove nou soti nan nasyon yo, pou bay remèsiman a non sen pa W la, pou nou triyonfe nan lwanj Ou.”
1CH 16:36 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, Pou letènite, jis rive nan letènite a. Tout pèp la te di: “Amen” e te louwe SENYÈ a.
1CH 16:37 Konsa, li te kiteAsaph avèk fanmi li la devan lach akò SENYÈ a pou fè sèvis devan lach la tout tan, kon travay chak jou te egzije a;
1CH 16:38 epi Obed-Édom avèk swasant-tuit manm fanmi li; Obed-Édom e anplis fis a Jedithun lan, avèk Hosa kon gadyen pòtay yo,
1CH 16:39 Li te kite Tsadok, prèt la avèk fanmi pa li yo devan tabènak SENYÈ a nan wo plas ki te Gabaon an,
1CH 16:40 pou ofri ofrann brile yo a SENYÈ a sou lotèl ofrann brile a tout tan, ni maten, ni aswè, jis selon tout sa ki ekri nan lalwa SENYÈ a, ke Li te kòmande Israël yo.
1CH 16:41 Avèk yo, te Héman, Jeduthun ak lòt ki te dezinye pa non yo, pou bay remèsiman a SENYÈ a, akoz lanmou dous li an san fen.
1CH 16:42 Epi avèk yo, te Héman ak Jeduthun avèk twonpèt avèk senbal pou sila ki te gen pou fè enstriman retantisan pou chan Bondye yo e fis a Jeduthun yo, pou pòtay la.
1CH 16:43 Epi tout pèp la te pati, yo chak lakay yo e David te retounen pou beni lakay pa li a.
1CH 17:1 Li te vin rive ke lè David te rete lakay li, ke David te di a Nathan, pwofèt la: “Gade byen, mwen rete nan yon kay fèt ak sèd, men lach akò SENYÈ a rete anba rido.”
1CH 17:2 Nathan te di a David: “Fè tout sa ki nan kè ou, paske Bondye avèk ou.”
1CH 17:3 Li te vin rive nan menm nwit lan ke pawòl SENYÈ a te parèt a Nathan. Li te di:
1CH 17:4 “Ale pale David, sèvitè Mwen an, ‘Konsa pale SENYÈ a, “Ou pa pou bati yon kay pou Mwen pou M rete ladann;
1CH 17:5 paske Mwen pa t konn rete nan yon kay depi jou ke M te mennen Israël monte a, jis rive jodi a; men Mwen te ale soti de tant a tant e soti yon kote pou rete jis rive a yon lòt.
1CH 17:6 Nan tout plas kote Mwen te mache avèk Israël yo, èske Mwen te pale yon mo avèk okenn nan jij Israël yo pou Mwen te kòmande yo pou fè bèje a pèp Mwen an, epi te di yo: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay an sèd?’”
1CH 17:7 Alò, pou sa, konsa ou va pale ak sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ a dèzame yo: “Mwen te retire ou nan pak kote ou t ap swiv mouton, pou devni chèf sou pèp Mwen an, Israël.
1CH 17:8 Mwen te avèk ou tout kote ke ou te ale, e te koupe devan ou tout lènmi ou yo. Konsa, Mwen va fè yon non pou ou parèy ak pi gwo moun sou latè yo.
1CH 17:9 Mwen va chwazi yon plas pou pèp Israël Mwen an e va plante yo, pou yo kab rete nan pwòp plas yo, pou yo pa vin deplase ankò. Konsa, mechan yo p ap epwize yo ankò tankou oparavan,
1CH 17:10 depi jou ke M te kòmande jij yo vini sou pèp Israël Mwen an. Konsa, Mwen va soumèt tou lènmi ou yo. Anplis, Mwen di ou, ke SENYÈ a va bati yon kay pou ou.
1CH 17:11 Lè jou yo acheve pou ou oblije ale jwenn zansèt ou yo, Mwen va plase youn nan desandan apre ou yo, ki va nan fis ou yo; epi Mwen va etabli wayòm pa li.
1CH 17:12 Li va bati pou Mwen yon kay e mwen va etabli twòn li jis pou tout tan.
1CH 17:13 Mwen va papa li e li va fis Mwen. Mwen p ap retire lanmou dous Mwen sou li, tankou Mwen te retire li sou sila ki te avan ou an.
1CH 17:14 Men Mwen va etabli li lakay Mwen ak nan wayòm Mwen an jis pou tout tan e twòn li an va etabli nèt pou tout tan.”’”
1CH 17:15 Selon tout pawòl sa yo e selon vizyon sila a, konsa Nathan te pale ak David.
1CH 17:16 Konsa, wa David te antre e te chita devan SENYÈ a epi te di: “Se kilès mwen ye, O SENYÈ a, Bondye a e kisa lakay mwen ye pou Ou te mennen m rive jis isit la?
1CH 17:17 Sa se te yon ti bagay nan zye Ou, O Bondye, men Ou te pale afè lakay sèvitè Ou a pou anpil tan k ap vini, e te gade mwen kon yon moun gran valè, O SENYÈ Bondye.
1CH 17:18 Kisa, anplis, David kapab di Ou selon onè ki bay a sèvitè Ou a? Paske ou konnen sèvitè Ou.
1CH 17:19 O SENYÈ, pou koz sèvitè ou a, e selon pwòp kè pa Ou, Ou te prepare tout grandè sa a, pou ta fè konnen tout gran afè sila yo.
1CH 17:20 O SENYÈ, nanpwen lòt tankou Ou, ni nanpwen okenn Bondye sof ke Ou, selon tout sa ke nou te tande avèk zòrèy nou.
1CH 17:21 Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson a Li menm yon pèp; pou fè yon non pou Ou pa bagay ki te gran e mèvèye yo, lè Ou te pouse, fè soti tout lòt nasyon yo devan pèp Ou a, ke Ou te rachte, fè soti nan Egypte.
1CH 17:22 Paske pèp Ou a, Israël, Ou te fè pwòp pèp Ou a jis pou tout tan e Ou menm, O SENYÈ, te vin Bondye pa yo.
1CH 17:23 Koulye a, O SENYÈ, kite pawòl ke Ou te pale pa sèvitè Ou a, selon lakay li vin etabli jis pou tout tan an. Fè jan Ou te pale a.
1CH 17:24 Kite non pa Ou vin etabli e onore jis pou tout tan, epi di: SENYÈ dèzame yo se Bondye a Israël la, yon Bondye menm pou Israël. Konsa, lakay David, sèvitè Ou a vin etabli devan Ou.
1CH 17:25 Paske Ou menm, O Bondye mwen, te revele a sèvitè Ou a, ke Ou va bati pou li yon kay. Pou sa, sèvitè Ou a te twouve kouraj pou vin priye devan Ou.
1CH 17:26 Koulye a, O SENYÈ, Ou se Bondye e te pwomèt bon bagay sa a sèvitè Ou a.
1CH 17:27 Konsa, sa te fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè Ou a, pou li kapab kontinye jis pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè l beni e li menm vin beni jis pou tout tan.”
1CH 18:1 Apre sa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo. Li te fè yo soumèt e te pran Gath avèk vil pa li yo nan men a Filisten yo.
1CH 18:2 Li te bat Moab e Moabit yo te vin sèvitè a David e te pote kontribisyon obligatwa yo.
1CH 18:3 David osi te bat Hadarézer, wa Tsoba a, jis rive Hamath, e li te sòti pou ale etabli wayòm li jis rive nan Rivyè Euphrate la.
1CH 18:4 David te pran nan men Hadarézer, mil cha avèk sèt-mil chevalye ak ven-mil sòlda a pye. David te koupe jarèt a tout cheval a cha yo, men te konsève kont pou rale san cha.
1CH 18:5 Lè Siryen nan Damas yo te vini ede Hadarézer, wa Tsoba a, David te touye venn-de-mil òm nan Siryen yo.
1CH 18:6 Konsa, David te fè mete ganizon sòlda pami Siryen nan Damas yo. Siryen yo te vin sèvitè a David e te pote kontribisyon obligatwa. Nenpòt kote li te ale, SENYÈ a te ede David.
1CH 18:7 David te pran boukliye an lò yo ki te pote pa sèvitè Hadarézer yo pou te pote yo Jérusalem.
1CH 18:8 Osi, soti Thibchath avèk Cun, vil a Hadarézer yo, David te pran yon trè gran kantite bwonz avèk sila Salomon te fè lanmè a an bwonz e pilye avèk zouti yo te fèt an bwonz.
1CH 18:9 Alò, lè Thohu, wa Hamath la, te tande ke David te fin bat tout lame a Hadarézer a, wa Tsoba a,
1CH 18:10 li te voye Hadoram, fis li a, kote wa David pou salye li e beni li; paske li te goumen kont Hadarézer e te bat li; paske Hadarézer t ap fè lagè avèk Thohu. Epi Hadoram te pote tout kalite bagay an lò avèk ajan ak bwonz.
1CH 18:11 Wa David te konsakre sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te rache pote soti nan men a tout nasyon yo: depi nan Edom, Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo ak Amalekit yo.
1CH 18:12 Anplis, Abischaï, fis a Tseruja a, te bat diz-ui-mil Edomit nan Vale Sèl la.
1CH 18:13 Epi li te mete ganizon sòlda nan Edom, e tout Edomit yo te devni sèvitè David. Epi SENYÈ a te ede David nenpòt kote li te ale.
1CH 18:14 Konsa, David te renye sou tout Israël. Li te administre jistis avèk ladwati pou tout pèp li a.
1CH 18:15 Joab, fis a Tseruja a, te kòmandan lame a, e Josaphat, fis a Achilud la, te achivist la;
1CH 18:16 epi Tsadok, fis a Achithub la avèk Abimélèc, fis a Abiathar a, te prèt, e Schavscha te sekretè;
1CH 18:17 epi Benaja, fis a Jehojada a, te chèf sou Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te premye chèf ansanm akote wa a.
1CH 19:1 Alò, li te vin rive apre sa, ke Nachasch, wa a fis a Ammon yo te mouri e fis li a te devni wa nan plas li.
1CH 19:2 Epi David te di: “Mwen va montre favè a Hanun, fis a Nachasch la, akoz papa li te montre m favè.” Pou sa, David te voye mesaje pou konsole li selon lanmò papa li. Sèvitè David yo te antre nan peye fis a Ammon yo pou konsole Hanun.
1CH 19:3 Men chèf a fis a Ammon yo te di a Hanun: “Èske ou kwè ke David ap bay papa ou onè akoz li voye moun rekonfòte yo? Èske sèvitè li yo pa vin kote ou pou chèche fè espyonaj pou boulvèse peyi a?”
1CH 19:4 Epi Hanun te pran sèvitè David yo e te taye tout cheve yo, koupe vètman yo nan mitan jis rive nan kwis e te voye yo ale.
1CH 19:5 Alò, kèk moun te ale pale David konsènan afè mesye yo. Epi li te voye rankontre yo, paske mesye sa yo te byen wont. Epi wa a te di: “Rete Jéricho jiskaske bab nou vin grandi ankò e retounen.”
1CH 19:6 Lè fis a Ammon yo te wè ke yo te fè tèt yo rayisab a David, Hanun avèk fis a Ammon yo te voye mil talan ajan Mésopotamie pou achte sèvis a cha avèk chevalye Siryen ki te sòti nan Maaca avèk Tsoba.
1CH 19:7 Konsa, yo te achte sèvis a trann-de-mil cha e wa Maaca a avèk pèp li a, ki te vin fè kan devan Médeba a. Fis a Ammon yo te rasanble soti nan vil pa yo pou te vin batay.
1CH 19:8 Lè David tande sa, li te voye Joab avèk tout lame, mesye pwisan yo.
1CH 19:9 Fis a Ammon yo te vin parèt, te rale yo nan chan batay la nan antre vil la e wa ki te vini yo te la apa pou kont yo nan chan an.
1CH 19:10 Alò, lè Joab te wè ke batay la te prepare kont li ni devan, ni dèyè; li te chwazi soti nan mesye pi chwazi pami tout Israël yo e yo te alinye yo kont Siryen yo.
1CH 19:11 Men retay a pèp la, li te plase nan men Abischaï, frè li a; epi yo te alinye yo kont fis Ammon yo.
1CH 19:12 Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò ou va ede m; men si fis a Ammon twò fò pou ou; alò, mwen va ede ou.
1CH 19:13 Kenbe fèm e annou montre kouraj nou pou koz pèp nou ak pou vil Bondye pa nou yo. Epi ke SENYÈ a va fè sa ki bon nan zye li.”
1CH 19:14 Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te ale toupre batay la kont Siryen yo e yo te sove ale devan li.
1CH 19:15 Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo te sove ale osi devan Abischaï, frè li a e te antre lavil la. Epi Joab te vini Jérusalem.
1CH 19:16 Lè Siryen yo te wè ke yo te bat pa Israël, yo te voye mesaje pou te mennen fè sòti Siryen ki te lòtbò Rivyè a, avèk Schophach, chèf lame Hadarézer ki t ap dirije yo a.
1CH 19:17 Lè bagay sa a te pale a David, li te ranmase tout Israël ansanm, te travèse Jourdain an, te vin parèt sou yo e te rale nan fòmasyon batay kont yo a. Epi lè David te rale nan fòmasyon batay la kont Siryen yo, yo te goumen kont li.
1CH 19:18 Siryen yo te sove ale devan Israël e David te touye nan Siryen yo, sèt-mil mèt cha avèk karant-mil sòlda a pye e te mete a lanmò Schophach, chèf lame a.
1CH 19:19 Konsa, lè sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te fè lapè avèk David e te sèvi li. Konsa, Siryen yo pa t janm dakò ankò pou ede fis a Ammon yo.
1CH 20:1 Li te vin rive nan prentan, nan lè ke wa yo konn sòti fè lagè, ke Joab te mennen sòti lame a, e te ravaje peyi a fis a Ammon yo. Li te vin fè syèj kont Rabba. Men David te rete Jérusalem. Joab te frape Rabba e te boulvèse li nèt.
1CH 20:2 David te retire kouwòn a wa pa yo soti sou tèt li. Li te twouve ke li te peze yon talan lò, e te gen pyè presye yo ladann. Konsa, yo te plase li sou tèt a David. Konsa, li te mennen fè sòti piyaj nan vil la, yon trè gran kantite.
1CH 20:3 Li te mennen fè sòti moun ki te ladann yo, te koupe yo avèk si ak enstriman file e avèk rach. Konsa David te fè a tout vil ki te pou fis a Ammon yo. Alò David avèk tout moun yo te retounen Jérusalem.
1CH 20:4 Alò li te vin rive apre sa ke lagè te vin pete nan Guézer avèk Filisten yo. Konsa, Sibbecaï, Oushatit la, te touye Sippaï, youn nan desandan a jeyan yo, e yo te vin soumèt yo.
1CH 20:5 Te gen lagè avèk Filisten yo ankò e Elchanan, fis a Jaïr a, te touye frè a Goliath la, Gatit la. Shaf a lans li an te gwo tankou shaf aparèy tise a.
1CH 20:6 Ankò, te gen lagè avèk Gath kote te gen yon nonm gran wotè ki te genyen venn-kat dwèt ak zòtèy, sis avèk sis e li menm, osi, te yon desandan a jeyan yo.
1CH 20:7 Lè li te voye defi bay Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te touye li.
1CH 20:8 Mesye sila yo te jeyan Gath yo e yo te tonbe pa lamen David, ak lamen sèvitè li yo.
1CH 21:1 Alò, Satan te kanpe kont Israël e te bourade David pou kontwole moun Israël yo.
1CH 21:2 Pou sa, David te di a Joab, e a chèf a pèp yo: “Ale konte moun Israël yo soti Beer-Schéba jis rive Dan, e pote ban m chif yo pou m kab konnen fòs kantite yo.”
1CH 21:3 Joab te di: “Ke SENYÈ a kapab ogmante sou pèp li a san fwa ke sa! Men mèt mwen, wa a, èske yo tout se pa sèvitè mèt mwen an? Poukisa mèt mwen an ap chache afè sa a? Poukisa sa ta dwe koz pou Israël ta vin koupab?”
1CH 21:4 Malgre sa, pawòl wa a te vin genyen kont pawòl Joab yo. Konsa, Joab te sòti ale nan tout Israël pou te rive Jérusalem.
1CH 21:5 Joab te bay nimewo a tout moun a David yo. Epi tout Israël, mesye ki te rale nepe yo, se te yon milyon-san-mil òm e Juda te kat-san-swasann-dis òm ki te rale nepe yo.
1CH 21:6 Men li pa t kontwole Lévi avèk Benjamin pami yo, paske kòmand wa a te twouve byen rayisab pou Joab.
1CH 21:7 “Bondye pa t kontan avèk bagay sa a e pou sa, li te frape Israël.
1CH 21:8 David te di a Bondye: Mwen te peche anpil, pwiske mwen te fè bagay sa a. Men souple, koulye a, retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te fè yon bagay byen sòt.”
1CH 21:9 SENYÈ a te pale ak Gad, konseye David la, epi te di l:
1CH 21:10 “Ale pale ak David. Di l: ‘Konsa pale SENYÈ a, “M ap ofri ou twa bagay. Chwazi pou kont ou youn nan yo, ke mwen va fè pou ou.”’”
1CH 21:11 Konsa, Gad te vin kote David. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Pran pou ou menm
1CH 21:12 oswa, twazan gwo grangou, oswa twa mwa ke ou va chase kraze nèt pa lènmi ou, pandan nepe pa yo ap pran ou nèt, oswa gwo epidemi nan peyi a avèk zanj SENYÈ a k ap detwi toupatou nan tout tèritwa Israël la.’ Pou sa, reflechi sou repons ke mwen va retounen bay a Sila ki te voye mwen an.”
1CH 21:13 David te di a Gad: “Mwen byen twouble. Souple, kite mwen tonbe nan men SENYÈ a, paske mizerikòd Li byen gran. Men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”
1CH 21:14 Konsa, SENYÈ a te voye epidemi sou Israël. Swasann-di-mil nan mesye Israël yo te tonbe.
1CH 21:15 Epi Bondye te voye yon zanj Jérusalem pou detwi vil la, men lè l te prè pou detwi, SENYÈ a te wè, e te lache de gwo dega a. Li te di a zanj ki t ap detwi a: “Sa kont. Alò, lache men ou.” Zanj SENYÈ a t ap kanpe akote glasi vannen ki pou Ornan an, Jebizyen an.
1CH 21:16 David te leve zye li, e te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe antre syèl la avèk tè a, avèk nepe li rale nan men l, lonje sou Jérusalem. Konsa, David avèk ansyen yo te kouvri yo avèk twal sak e te tonbe sou figi yo.
1CH 21:17 David te di a Bondye: “Èske se pa mwen menm ki te kòmande kontwòl a tout pèp la? Anverite, se te mwen ki te peche e ki te fè anpil mal. Men mouton sila yo, se kisa yo menm te fè? O SENYÈ, Bondye mwen an, souple, kite men Ou vin kont mwen avèk lakay zansèt mwen yo, men pa kont pèp Ou a, pou yo ta vin toumante.”
1CH 21:18 Alò, zanj SENYÈ a te kòmande Gad pou pale David, pou David ta dwe monte pou bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi vannen ki te pou Ornan an, Jebizyen an.
1CH 21:19 Konsa, David te monte selon pawòl ke Gad te pale nan non SENYÈ a.
1CH 21:20 Alò, Ornan te vire fè bak, e li te wè zanj lan. Kat fis pa li yo ki te avè l yo te kache tèt yo. Alò, Ornan t ap bat ble.
1CH 21:21 Lè David te vin kote Ornan, Ornan te gade. Li te wè David e te sòti nan glasi vannen an pou te pwostène li menm devan David avèk figi li atè.
1CH 21:22 Alò, David te di a Ornan: “Ban mwen anplasman sila a avèk glasi vannen an, pou m kab bati yon lotèl a SENYÈ a. Pou valè tout pri li, ou va ban mwen li, pou touman sila a kab vin frennen pami pèp la.”
1CH 21:23 Ornan te di a David: “Pran li pou kont ou, epi kite mèt mwen an, wa a, fè sa ki bon nan zye l. Gade, mwen bay ou bèf yo pou ofrann brile a ak mas pilon, kon bwa ak ble kon ofrann sereyal la. M ap ba ou tout.”
1CH 21:24 Men Wa David te di a Ornan: “Non, men anverite, mwen va achte li pou tout pri li. Paske mwen p ap pran sa ki pou ou pou SENYÈ a, ni ofri ofrann brile ki pa t koute mwen anyen.”
1CH 21:25 Konsa David te bay Ornan sis-san sik an lò selon pwa li pou anplasman an.
1CH 21:26 Alò, David te bati yon lotèl a SENYÈ a la, e te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Li te rele SENYÈ a, e Li te reponn li avèk dife soti nan syèl la sou lotèl ofrann brile a.
1CH 21:27 SENYÈ a te kòmande zanj lan e li te remèt nepe li nan fouwo.
1CH 21:28 Nan lè sa, lè David te wè ke SENYÈ a te reponn li sou glasi vannen Ornan an, Jebizyen an. Li te ofri yon sakrifis la.
1CH 21:29 Paske tabènak SENYÈ a, ke Moïse te fè nan dezè a ak lotèl ofrann brile a te nan wo plas Gabaon an nan lè sa a.
1CH 21:30 Men David pa t kab ale devan li nan Gabaon pou fè demand Bondye, paske nepe zanj SENYÈ a te bay li gwo lakrent.
1CH 22:1 Konsa David te di: “Sa se lakay SENYÈ a, Bondye a, e sa se lotèl ofrann brile pou Israël la.”
1CH 22:2 Pou sa, David te bay lòd pou ranmase tout etranje ki te nan peyi Israël yo. Konsa, li te mete taye wòch nan travay pou koupe wòch pou bati kay Bondye a.
1CH 22:3 David te prepare yon gran kantite fè pou fè klou pou pòt pòtay yo ak pou kranpon yo e plis bwonz ki ta kab peze yo.
1CH 22:4 Epi twòn bwa sèd yo te depase kontwòl, paske Sidonyen yo avèk Tyriens yo te mennen gran kantite a twòn bwa sèd yo kote David.
1CH 22:5 David te di: “Fis mwen, Salomon jèn, epi manke eksperyans. Epi kay k ap bati pou SENYÈ a va tèlman ekstrawòdinè, byen koni toupatou, e k ap renome pou glwa li nan tout peyi yo. Se pou sa ke mwen va fè preparasyon pou li.” Konsa, David te fè anpil preparasyon avan l te mouri.
1CH 22:6 Alò, li te rele fis li a, Salomon e te òdone li pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
1CH 22:7 David te di a Salomon: “Fis mwen, mwen te gen entansyon pou bati yon kay a non SENYÈ a, Bondye mwen an.
1CH 22:8 Men pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: Ou gen tan vèse anpil san, e te fè gwo lagè sou latè. Ou p ap bati yon kay pou non mwen, akoz ou te vèse anpil san sou latè devan zye m.
1CH 22:9 Men gade byen, youn fis ki va ne a ou menm va yon moun lapè. Konsa, Mwen va bay li repo soti nan tout lènmi li yo nan tout kote. Paske non li va Salomon e mwen va bay lapè avèk kalm an Israël nan jou pa li yo.
1CH 22:10 Li va bati yon kay pou non Mwen. Li va fis Mwen e Mwen va papa li. Konsa, mwen va etabli twòn wayòm li sou Israël jis pou tout tan.
1CH 22:11 Koulye a, fis mwen an, ke SENYÈ a kapab avèk ou, pou ou kapab byen reyisi, e bati lakay SENYÈ a, Bondye pa w la, jis jan ke li te pale selon ou menm nan.
1CH 22:12 Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a.
1CH 22:13 Konsa, ou va byen reyisi, si ou fè atansyon pou swiv règleman avèk lòd ke SENYÈ a te kòmande Moïse selon Israël yo. Kenbe fèm e pran kouraj. Pa dekouraje, ni pa krent anyen.
1CH 22:14 Alò, gade byen, avèk gwo lapèn mwen te prepare pou lakay SENYÈ a, san-mil talan lò, yon-milyon talan ajan e bwonz avèk fè ki depase peze, akoz yo tèlman anpil. Anplis, gran twòn bwa avèk wòch ke m te prepare, e ou gen dwa mete sou yo toujou.
1CH 22:15 Anplis, gen anpil ouvriye ki avèk ou, tayè wòch, avèk mason ak chapant e tout mesye ak kapasite nan tout kalite mendèv.
1CH 22:16 Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
1CH 22:17 Anplis, David te kòmande tout chèf Israël yo pou ede fis li a, Salomon. Li te di:
1CH 22:18 “Èske SENYÈ a, Bondye nou an, pa avèk nou? Konsa, èske Li pa t bannou repo sou tout kote? Paske Li te livre sila ki viv nan peyi yo nan men m, e peyi a soumèt nèt devan SENYÈ a ak devan pèp Li a.
1CH 22:19 Alò, bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”
1CH 23:1 Alò, lè David te vin granmoun, li te fè fis li Salomon, wa sou Israël.
1CH 23:2 Li te ranmase tout chèf Israël yo avèk prèt ak Levit yo.
1CH 23:3 Levit yo te kontwole soti nan trant ane oswa plis e fòs non pa yo selon gwo chif kontwòl la, te trann-tuit-mil.
1CH 23:4 Nan sila yo, venn-kat-mil te pou sipèvize lèv lakay SENYÈ a, si-mil te ofisye avèk jij,
1CH 23:5 kat-mil te gadyen pòtay yo, e kat-mil ki pou louwe SENYÈ a avèk enstriman ke David te fè pou bay lwanj yo.
1CH 23:6 David te divize yo an gwoup selon fanmi de fis a Lévi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.
1CH 23:7 Nan Gèshonit yo: Laedan avèk Schimeï.
1CH 23:8 Fis a Laedan yo: Jehiel, premye a, Zétham ak Joël, ki fè twa.
1CH 23:9 Fis a Shimei yo: Schelomith, Haziel avèk Haran, ki fè twa. Sila yo se te chèf lakay zansèt a Laedan yo.
1CH 23:10 Fis a Shimei yo: Jahath, Zina, Jeush avèk Berlah. Kat sila yo te fis a Schimeï.
1CH 23:11 Jachath se te premye a e Zina dezyèm nan; men Jeusch avèk Beria pa t fè anpil fis; akoz sa, yo te fòme yon sèl kay zansèt, yon sèl gwoup.
1CH 23:12 Fis a Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron avèk Uziel, kat.
1CH 23:13 Fis a Anram yo: Aaron avèk Moïse. Epi Aaron te mete apa pou l te kab sanktifye li kote ki pi sen pase tout kote a, li menm avèk fis pa li yo jis pou tout tan, pou brile lansan devan SENYÈ a, pou fè sèvis pa Li, e pou beni nan non Li jis pou tout tan.
1CH 23:14 Men Moïse, nonm Bondye a, fis pa li yo te rele pami tribi Lévi a.
1CH 23:15 Fis a Moïse yo: Guerschom avèk Éliézer.
1CH 23:16 Fis a Guerschom yo: Schebuel, chèf la.
1CH 23:17 Fis a Éliézer a te Rechabia, chèf la. Éliézer pa t gen lòt fis, men fis a Rechabia yo te an gran kantite.
1CH 23:18 Fis a Jitsehar a: Schelomith, chèf la.
1CH 23:19 Fis a Hébron yo: Jerija, premye a; Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan; epi Jekameam, katriyèm nan.
1CH 23:20 Fis a Uziel yo: Michée, premye a ak Jischija, dezyèm nan.
1CH 23:21 Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi. Fis a Machli yo: Éléazar avèk Kis.
1CH 23:22 Éléazar te mouri san fè fis, men fi sèlman; pou sa, frè pa yo, fis a Kis yo te pran yo kon madanm pa yo.
1CH 23:23 Fis a Muschi yo: Machli, Éder avèk Jerémoth, twa.
1CH 23:24 Sila yo se te fis a Lévi selon lakay zansèt pa yo, menm lakay zansèt a sila ki te kontwole nan kantite non nan gwo chif kontwòl la, sila ki t ap fè travay lakay SENYÈ a, soti nan ventan oswa plis.
1CH 23:25 Paske David te di: “SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay repo a pèp Li a, e Li va abite Jérusalem jis pou tout tan.
1CH 23:26 Anplis, Levit yo p ap ankò bezwen pote tabènak avèk tout zouti li yo pou sèvis li.”
1CH 23:27 Paske pa dènye pawòl a David yo, fis a Levi yo te kontwole soti ventan oswa plis.
1CH 23:28 Paske wòl pa yo se pou ede fis a Aaron yo avèk sèvis lakay SENYÈ a, nan gwo lakou yo, nan chanm yo ak nan pirifye tout bagay sen yo, menm travay a sèvis lakay Bondye a,
1CH 23:29 epi avèk pen konsakre ak farin fen pou yon ofrann sereyal, galèt san ledven, oswa sa ki kwit nan veso, ni sa ki byen mele ak tout mezi a volim oswa gwosè yo.
1CH 23:30 Yo gen pou kanpe chak maten pou bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, e menm jan an nan aswè,
1CH 23:31 epi pou ofri tout ofrann brile a SENYÈ a, nan Saba yo, nan nouvèl lin yo, avèk fèt etabli yo nan kontwòl ki òdone selon òdonans de yo menm, tout tan san rete devan SENYÈ a.
1CH 23:32 Konsa yo gen pou kenbe chaj sou asanble tant yo, chaj sou plas sen an e chaj sou fis Aaron yo, fanmi pa yo, pou sèvis lakay SENYÈ a.
1CH 24:1 Alò, men divizyon a desandan a Aaron yo: fis a Aaron yo te Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar.
1CH 24:2 Nadab avèk Abihu te mouri avan papa yo, san yo pa t genyen fis. Pou sa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kon prèt.
1CH 24:3 David, avèk Tsadok, fis a Éléazar yo ak Achimélec a desandan a Ithamar yo, te divize yo selon fonksyon yo nan sèvis pa yo.
1CH 24:4 Akoz ke te gen plis chèf nan desandan a Éléazar yo pase nan desandan a Ithamar yo, yo te divize yo konsa: sèz chèf zansèt a desandan a Éléazar yo ak uit nan desandan Ithamar yo, selon lakay zansèt pa yo.
1CH 24:5 Konsa yo te divize pa tiraj osò, youn tankou lòt la; paske yo te sèvi kon ofisye nan sanktyè a e ofisye a Bondye, e nan desandan a Éléazar yo ak desandan a Ithamar yo.
1CH 24:6 Schemaeja, fis a Nethaneel la, grefye pou tribi Lévi a, te enskri yo nan prezans a wa a, chèf lakay zansèt yo, Tsadok, prèt la, Achimélec, fis a Abiathar a ak chèf a lakay zansèt a prèt avèk Levit yo; youn lakay zansèt ki te pran pou Éléazar yo e youn pou Ithamar yo.
1CH 24:7 Alò, premye tiraj osò a te tonbe pou Jehojarib; dezyèm nan pou Jedaeja;
1CH 24:8 twazyèm nan a Harim; katriyèm nan a Seorim;
1CH 24:9 senkyèm nan a Malkija; sizyèm nan a Mijamin;
1CH 24:10 setyèm nan a Hakkots; uityèm nan a Abija;
1CH 24:11 nevyèm nan a Josué; dizyèm nan a Schecania;
1CH 24:12 onzyèm nan a Éliaschib; douzyèm nan a Jakim;
1CH 24:13 trèzyèm nan a Huppa; katòzyèm nan a Jeschébeab;
1CH 24:14 kenzyèm nan a Bilga; sèzyèm nan a Immer;
1CH 24:15 di-setyèm nan a Hézir; di-zuityèm nan a Happitsets;
1CH 24:16 diz-nevyèm nan a Pethachja; ventyèm nan a Ézéchiel;
1CH 24:17 ven-te-inyèm nan a Jakin; venn-dezyèm nan a Gamul;
1CH 24:18 venn-twazyèm nan a Delaja; venn-katriyèm nan a Maazia.
1CH 24:19 Sa yo te pozisyon sèvis yo te fè lè yo te antre lakay SENYÈ a selon règleman ki te bay a yo menm pa Aaron, zansèt pa yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande li a.
1CH 24:20 Alò, pou lòt fis a Lévi yo: nan fis Amram yo: Schubaël; nan fis a Schubaël yo: Jechdia;
1CH 24:21 a Rechabia: selon fis a Rechabia yo: chèf Jischija.
1CH 24:22 Selon Jitsearit yo: Schelomoth; nan fis a Schelomoth yo: Jachath.
1CH 24:23 Fis a Hébron yo: Jerija, premye a, Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan, Jekameam, katriyèm nan.
1CH 24:24 Selon fis a Uziel yo: Michée; epi fis a Michée yo, Shamir.
1CH 24:25 Frè a Michée a, Jischija; nan fis a Jischija yo: Zacharie.
1CH 24:26 Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi; fis a Jaazija yo, Beno.
1CH 24:27 Fis a Merari yo: pa Jaazia, Beno, Schoham, Zaccur ak Ibri.
1CH 24:28 Pa Mahli: Éléazar ki pa t gen fis.
1CH 24:29 Pa Kis: nan fis a Kis yo, Jerachmeel.
1CH 24:30 Fis a Muschi yo: Machli, Éder ak Jerimoth.
1CH 24:31 Sila yo osi te voye kon tiraj osò tankou manm fanmi pa yo, fis a Aaron yo nan prezans a David, wa a, Tsadok avèk Achimélec, chèf lakay zansèt pa yo pami prèt ak Levit yo, chèf lakay papa pa yo jis jan sa ye pou nan pi piti frè li yo.
1CH 25:1 Anplis, David avèk kòmandan lame yo te mete apa pou sèvis kèk nan fis a Asaph yo, Héman ak Jeduthun pou pwofetize avèk gita yo, ap ak senbal; epi fòs kantite moun ki te fè sèvis pa yo se te:
1CH 25:2 Nan fis a Asaph yo: Zaccur, Joseph, Nethania avèk Aschareéla; fis a Asaph yo te anba direksyon a Asaph, ki te pwofetize anba direksyon a wa a.
1CH 25:3 Selon Jeduthun, fis a Jeduthun yo: Guedalia, Tseri, Ésaïe, Haschabia, Matthithia avèk Schimeï, sis, anba direksyon a papa yo, Jeduthun, avèk ap la, ki te konn pwofetize nan bay remèsiman avèk lwanj SENYÈ a.
1CH 25:4 Selon Héman, fis a Héman an: Bukkija, Matthania, Uziel, Schebuel, Jerimoth, Hanania, Hanani, Éliatha, Guiddalthi, Romamthi-Ézer, Joschbekascha, Mallòthi, Hothir, Machazioth.
1CH 25:5 Tout sila yo te fis a Héman yo, konseye a wa a ki pou bay li ekspiyasyon selon pawòl a Bondye; paske Bondye te bay katòz fis ak twa fi a Héman.
1CH 25:6 Tout te anba direksyon a papa yo pou chante lakay SENYÈ a, avèk senbal, ap ak gita yo, pou sèvis kay Bondye a. Asaph, Jeduthun avèk Héman te anba direksyon wa a.
1CH 25:7 Fòs kantite nan yo ki te prepare kon chantè a SENYÈ yo, avèk manm fanmi pa yo, tout te byen abil, te de-san-katreven-di-zuit.
1CH 25:8 Yo te tire osò pou travay tach yo, tout menm jan an, piti kon gran, pwofesè kon elèv.
1CH 25:9 Alò, premye tiraj osò a te tonbe a Asaph pou Joseph, dezyèm nan pou Guedalia, li menm, fanmi li ak fis pa li yo te fè douz;
1CH 25:10 Twazyèm nan a Zaccur, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:11 katriyèm nan a Jìtseri, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:12 senkyèm nan a Nethania, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:13 sizyèm nan a Bukkija, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:14 setyèm nan a Jesareéla, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:15 uityèm nan a Ésaïe, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:16 nevyèm nan a Matthania, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:17 dizyèm nan a Schimeï, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:18 onzyèm nan a Azareel, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:19 douzyèm nan a Haschabia, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:20 trèzyèm nan a Schubaël, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:21 katòzyèm nan a Matthithia, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:22 kenzyèm nan a Jerémoth, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:23 sèzyèm nan a Hanania, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:24 di-setyèm nan a Joschbekascha, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:25 di-zuityèm nan a Hanani, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:26 diz-nevyèm nan a Mallothi, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:27 ventyèm nan a Élijatha, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:28 ven-te-inyèm nan a Hothir, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:29 venn-dezyèm nan a Guiddalthi, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:30 venn-twazyèm nan a Machazioth, fis li yo avèk fanmi li, douz;
1CH 25:31 venn-katriyèm nan a Romamthi-Ézer, fis li yo avèk fanmi li, douz.
1CH 26:1 Pou divizyon gadyen pòtay yo, te gen nan Koreyit yo; Meschélémia, fis a Koré a, fis a Asaph yo.
1CH 26:2 Meschélémia te gen fis: Zacharie, premye ne a, Jediaël, dezyèm nan, Zebadia, twazyèm nan, Jathiel, katriyèm nan,
1CH 26:3 Élam, senkyèm nan, Jochanan, sizyèm nan, Eljoénaï, setyèm nan.
1CH 26:4 Obed-Édom te gen fis: Schemaeja, premye ne a, Jozabad, dezyèm nan, Joach, twazyèm nan, Sacar, katriyèm nan, Nethaneel, senkyèm nan,
1CH 26:5 Ammiel, sizyèm nan, Issacar, setyèm nan, Peulthaï, uityèm nan; paske Bondye te vrèman beni li.
1CH 26:6 Anplis, a fis li, Schemaeja, te ne fis ki te renye sou lakay papa yo; paske yo te mesye pwisan ak gwo kouraj.
1CH 26:7 Fis a Schemaeja yo: Othni, Rephaël, Obed, Elzabad, avèk frè pa yo Élihu ak Semaeja ki te mesye ak gwo kouraj.
1CH 26:8 Tout nan sila yo, se te fis a Obed-Édom; yo menm avèk fis pa yo ak fanmi yo te mesye ak gwo kapasite, avèk fòs pou sèvis; swasann-de mesye ki sòti Obed-Édom.
1CH 26:9 Fis a Meschélémia yo, mesye plen ak kouraj te kontwole diz-uit mesye.
1CH 26:10 Anplis, Hosa, nan fis a Merari yo te fè fis: Schimri, premye a (malgre li pa t ne premyèman, men papa li te fè l premye),
1CH 26:11 Hilkija, dezyèm nan, Thebalia, twazyèm nan, Zacharie, katriyèm nan. Tout fis yo avèk fanmi a Hosa yo te trèz mesye.
1CH 26:12 Se nan divizyon a gadyen pòtay sila yo, mesye chèf yo te bay responsabilite kon fanmi pa yo pou fè sèvis lakay SENYÈ a.
1CH 26:13 Yo te tire yo osò, piti kon gran, selon lakay zansèt pa yo pou chak pòtay.
1CH 26:14 Tiraj osò ki tonbe pou lès la te devni pou Schélémia. Alò, yo te tire osò pou fis li a, Zacharie, yon konseye avèk bon konprann e tiraj osò li a te sòti nan nò.
1CH 26:15 Pou Obed-Édom li te tonbe vè sid e a fis li yo, te ale chanm depo yo.
1CH 26:16 Pou Schuppm avèk Hosa, li te tonbe kote lwès, akote pòt Schalléketh la, vè chemen monte a. Yo te pozisyone gad anfas gad.
1CH 26:17 Sou lès la, te gen sis Levit; nan nò a, kat chak jou e nan chanm depo yo, de pa de yon kote apa.
1CH 26:18 Nan katye bati sou kote lwès la, te gen kat sou gran chemen an e de nan katye a menm.
1CH 26:19 Sila yo se te divizyon a gadyen pòtay a fis a Kore yo avèk fis a Merari yo.
1CH 26:20 Levit yo avèk fanmi pa yo te gen chaj sou trezò lakay Bondye a ak trezò a don konsakre yo.
1CH 26:21 Fis a Laedan yo, fis a Gèshonit yo, ki apatyen a Laedan, chèf lakay zansèt pa yo ki te rele Jehiéli, te tèt lakay zansèt pa yo ki te pou Laedan, Gèshonit lan.
1CH 26:22 Fis a Jehiéli yo, Zetham avèk Joël, frè li a, ki te an chaj trezò lakay SENYÈ a.
1CH 26:23 Pou Amramit yo, Jitsearit yo, Ebwonit avèk Izyelit yo,
1CH 26:24 Schebuel, fis a Guerschom an, fis a Moïse la te ofisye sou trezò yo.
1CH 26:25 Fanmi li pa Éliézer te Rechabia, fis li a, Ésaïe, fis li a, Joram, fis li a, Zicri, fis li a ak Schelomith, fis li a.
1CH 26:26 Schelomith sila avèk fanmi li te gen chaj sou tout trezò a don konsakre ke Wa David avèk chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn e kòmandan lame yo te dedye.
1CH 26:27 Yo te dedye yon pati nan piyaj ki te sezi nan gè yo pou repare lakay SENYÈ a.
1CH 26:28 Epi tout sa ke Samuel, konseye a, te dedye e Saül, fis a Kis la, pa Abner, fis a Ner a, pa Joab, fis a Tseruja a, tout moun ki te dedye bagay anba jerans a Schelomith lan avèk fanmi pa li.
1CH 26:29 Pou Jitsearit yo, Kenania avèk frè pa li yo, yo te anplwaye pou zafè andeyò kon majistra ak jij an Israël.
1CH 26:30 Pou Ebwonit yo, Haschavbia avèk fanmi li, mil-sèt-san mesye ak kapasite, ki te an chaj tout zafè Israël yo nan lwès a Jourdain an, pou tout sèvis SENYÈ a ak sèvis wa a.
1CH 26:31 Pou Ebwonit yo, Jerija, chèf la, (Ebwonit sila yo te envestige selon listwa fanmi avèk zansèt pa yo, nan karantyèm ane nan règn David la e mesye ak kapasite siperyè yo te twouve pami yo kote Jaezer nan Galaad).
1CH 26:32 Moun fanmi pa li, mesye byen kapab, te de-mil-sèt-san òm, chèf lakay zansèt pa yo. Epi Wa David te fè yo sipèvizè sou Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé pou tout zafè Bondye avèk wa a.
1CH 27:1 Men chif kontwòl a fis Israël yo, chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn yo, avèk chèf pa yo ki te sèvi wa a nan tout afè divizyon ki te antre sòti mwa pa mwa pandan tout mwa nan ane yo, chak divizyon te konte a venn-kat-mil sòlda:
1CH 27:2 Sou tèt a premye divizyon an pou premye mwa a te Jaschobeam, fis a Zabdiel la; nan divizyon pa li a te gen venn-kat-mil òm.
1CH 27:3 Sòti nan fis a Pérets yo, chèf a tout kòmandan lame a pou premye mwa a.
1CH 27:4 Sou tèt a divizyon dezyèm mwa a te Dodaï, Achochit la; Mikloth te youn nan chèf yo nan divizyon pa li yo; epi li te gen nan divizyon pa li a, venn-kat-mil òm.
1CH 27:5 Twazyèm kòmandan lame a pou twazyèm mwa a te Benaja, fis a prèt la, Jehojada kon chèf; epi nan divizyon pa li te gen venn-kat-mil òm.
1CH 27:6 Benaja sila a se te nonm pwisan a trant yo e li te an chaj sou trant yo; epi Ammizadab, fis li a, te sou divizyon pa li.
1CH 27:7 Katriyèm nan pou katriyèm mwa a te Asaël, frè a Joab la e apre li, Zebadia, fis li a; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
1CH 27:8 Senkyèm nan pou senkyèm mwa a te kòmandan Schamehuth, Jizrachit la; epi te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
1CH 27:9 Sizyèm nan pou sizyèm mwa a te Ira, fis a Ikkesch la, Tekoyit la; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
1CH 27:10 Setyèm nan pou setyèm mwa a te Hélets, Pelonit lan, sòti nan fis a Éphraïm yo; li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
1CH 27:11 Uityèm nan, pou uityèm mwa a te Sibbecaï, Ouchatit la, sòti nan Zerachit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
1CH 27:12 Nevyèm nan pou nevyèm mwa a te Abiézer, Anathoth la, sòti nan Benjamit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
1CH 27:13 Dizyèm nan pou dizyèm mwa a te Maharaï, Netofayit la nan fanmi Zerachit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
1CH 27:14 Onzyèm nan pou onzyèm mwa a te Benaja, Piratit la, sòti nan fis Éphraïm nan; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
1CH 27:15 Douzyèm nan, pou douzyèm mwa a te Heldaï, Netofit la, sòti nan fanmi Othniel la; epi li te gen yon divizyon venn-kat-mil òm.
1CH 27:16 Men chèf a tribi Israël yo. Chèf a Ribenit yo; Éliézer, fis a Icri a; pou Simeonit yo: Schephathia, fis a Maaca a;
1CH 27:17 pou Levit yo: Haschabia, fis a Kemuel la; nan fanmi Aaron an: Tsadok;
1CH 27:18 pou Juda: Élihu, frè a David la; pou Issacar: Omri, fis a Micaël la;
1CH 27:19 pou Zabulon: Jischemaeja, fis a Abdias la; pou Nephthali: Jerimoth, fis a Azriel la;
1CH 27:20 pou fis Éphraïm yo: Hosée, fis a Azazia a; pou mwatye tribi a Manassé a: Joël, fis a Pedaja a;
1CH 27:21 pou mwatye tribi Manassé nan Galaad: Jiddo, fis a Zacharie a, pou Benjamin: Jaasiel, fis a Abner a;
1CH 27:22 pou Dan: Azareel, fis a Jerocham nan. Sila yo se te chèf a tribi Israël yo.
1CH 27:23 Men David pa t kontwole sila nan laj ventan oswa mwens yo, akoz SENYÈ a te di Li ta miltipliye Israël kon zetwal syèl yo.
1CH 27:24 Joab, fis a Tseruja a, te kòmanse fè gwo kontwòl la, men li pa t fini; epi akoz gwo kòlè sa a ki te vin rive sou Israël e fòs kantite a pa t ladann nan chif kontwòl a Wa David la.
1CH 27:25 Alò, Azmaveth, fis Adiel la te an chaj depo trezò a wa a. Epi Jonathan, fis a Uzias la, te gen chaj a depo andeyò yo, nan vil yo, nan ti bouk yo ak nan wo fò anlè yo.
1CH 27:26 Ezri, fis a Kelub la te responsab tout ouvriye agrikòl ki te travay tè yo.
1CH 27:27 Schimeï, Ramatit la te gen chaj sou chan rezen yo; epi Zabdi, Shefamit lan, te an chaj tout pwodwi a chan rezen ki te depoze nan depo diven anba tè yo.
1CH 27:28 Baal-Hanan Gedetit la, te an chaj chan bwa oliv ak bwa sikomò nan gran plèn nan e Joasch te an chaj depo lwil yo.
1CH 27:29 Schithraï, Sawonit lan te an chaj bèt ki t ap manje nan Saron yo; epi Schaphath, fis a Adlaï a, sou bèf ki te nan vale yo.
1CH 27:30 Obil, Izmayelit la, te an chaj chamo yo; epi Jechdia, Mewonotit la, te an chaj bourik yo.
1CH 27:31 Jaziz, Agarenyen an, te an chaj bann mouton yo. Tout sila yo te sipèvizè nan tèren ki te apatyen a Wa David la.
1CH 27:32 Anplis, Jonathan, tonton David la, te yon konseye, yon nonm ak bon konprann e yon skrib; epi Jehiel, fis a Hacmoni an, te pwofesè a fis Wa yo.
1CH 27:33 Achitophel te yon konseye a wa a e Huschaï, Akyen an, te zanmi a wa a.
1CH 27:34 Jehojada, fis a Benaja a avèk Abiathar te ranplase Achitophel; epi Joab te kòmandan lame wa a.
1CH 28:1 Alò, David te rasanble nan Jérusalem tout ofisye Israël yo, chèf a tribi yo, kòmandan a divizyon ki te sèvi wa yo, kòmandan a dè milye yo avèk kòmandan a dè santèn yo, sipèvizè a tout tèren avèk bèt ki te apatyen a wa a, avèk fis li yo, avèk ofisye yo ak mesye pwisan yo, menm tout mesye gwo kouraj yo.
1CH 28:2 Epi Wa David te leve sou pye li e te di: “Koute mwen, frè m yo ak pèp mwen an! Mwen te gen entansyon bati yon kay repo pou lach akò SENYÈ a e pou machpye Bondye nou an. Pou sa, mwen te fè preparasyon yo pou bati li.
1CH 28:3 Men Bondye te di mwen: ‘Ou p ap bati yon kay pou non Mwen, akoz ou se yon nonm lagè, e ou te vèse san.’
1CH 28:4 Sepandan, SENYÈ a, Bondye Israël la, te chwazi mwen soti nan tout lakay papa m pou vin wa sou Israël jis pou tout tan.
1CH 28:5 Pami tout fis mwen yo, (paske SENYÈ a te ban mwen anpil fis), Li te chwazi fis mwen an, Salomon pou chita sou twòn wayòm SENYÈ a sou Israël.
1CH 28:6 Li te di mwen: ‘Fis ou a, Salomon, se li menm ki va bati kay Mwen an, ak tout lakou li yo; paske Mwen te chwazi Li pou devni yon fis pou Mwen e Mwen va yon papa pou li.
1CH 28:7 Mwen va etabli wayòm li jis pou tout tan si avèk tout kè li, li fè kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo, jan sa ap fèt koulye a.’”
1CH 28:8 “Pou sa, koulye a, devan zye a tout Israël, asanble SENYÈ a e nan tande a Bondye nou an, swiv e pran a kè tout kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou nou kapab posede bon peyi a e bay li a fis apre nou yo, jis pou tout tan.
1CH 28:9 “Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.
1CH 28:10 Koulye a, reflechi byen, paske SENYÈ a te fin chwazi ou menm pou bati yon kay pou sanktyè a. Pran kouraj e aji.”
1CH 28:11 Epi David te bay a fis li Salomon, plan pou fè galri tanp lan, tout chanm li yo, avèk chanm trezò li yo, chanm anlè li yo, chanm enteryè li yo, ak chanm pou twòn pwopiyatwa a;
1CH 28:12 epi plan a tout sa ke li te gen nan tèt li, pou lakou lakay SENYÈ a e pou tout chanm ki te antoure l yo, pou chanm trezò lakay Bondye yo, e pou chanm trezò pou tout bagay konsakre yo;
1CH 28:13 anplis, pou divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout travay sèvis lakay SENYÈ a e pou tout zouti sèvis lakay SENYÈ yo;
1CH 28:14 pou zouti an lò yo, lò pou tout zouti pou tout kalite sèvis yo, pou zouti an ajan yo, ajan pou tout zouti a tout kalite sèvis yo;
1CH 28:15 epi lò pou baz chandelye an lò yo avèk lanp pa li yo; epi ajan a baz chandelye an ajan yo, avèk pwa a chak baz avèk lanp pa li yo selon sèvis a chak chandelye;
1CH 28:16 epi pwa a lò a pou tab pen konsakre pou chak tab la; epi ajan pou tab an ajan yo;
1CH 28:17 epi fouchèt yo, basen yo ak krich an lò pi yo; epi pou bòl an lò yo avèk pwa pou chak bòl; epi pou bòl an ajan avèk pwa a chak bòl;
1CH 28:18 epi pou lotèl lansan an lò rafine pa pwa; epi lò pou modèl a cha a, menm cheriben ki te ouvri zèl yo pou te kouvri lach akò SENYÈ a.
1CH 28:19 David te di: “SENYÈ a te fè M konprann avèk men L ki te ekri pou mwen, tout detay a modèl sila a.”
1CH 28:20 Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske tout lèv pou lakay SENYÈ a fini.
1CH 28:21 Alò, gade byen, men divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout sèvis lakay Bondye yo e tout mesye avèk kapasite yo va avèk ou nan travay la pou tout kalite sèvis yo. Anplis, ofisye yo avèk tout pèp la va disponib nèt sou lòd pa ou.”
1CH 29:1 Epi Wa David te di a tout asanble a: “Fis mwen an, Salomon, ki sèl pou kont li Bondye te chwazi a, toujou jèn, san gwo eksperyans e travay la byen gwo. Paske tanp lan pa pou lòm, men pou SENYÈ a, Bondye a.
1CH 29:2 Alò, avèk tout kapasite mwen, mwen te fè pwovizyon pou lakay Bondye mwen a; lò, pou bagay fèt an lò yo, ajan pou bagay fèt an ajan yo, bwonz pou bagay fèt an bwonz yo, fè pou bagay fèt an fè yo, bwa pou bagay fèt an bwa yo, pyè oniks pou bagay fèt an pyè oniks yo, pyè byen prezante, pyè briyan avèk anpil koulè ak tout kalite pyè presye avèk mab blan an gran kantite.
1CH 29:3 Anplis, nan gran lajwa mwen pou lakay Bondye mwen an, trezò pèsonèl ke mwen gen an lò avèk ajan, mwen bay li a lakay Bondye mwen an; anplis de sou sa ke m te founi deja pou sen tanp lan,
1CH 29:4 kon swivan: twa mil talan lò nan lò Ophir ak sèt mil talan ajan rafine, pou kouvri mi kay yo;
1CH 29:5 lò pou bagay an lò e ajan pou bagay an ajan, sa vle di, pou tout lèv ki fèt pa mèt ouvriye yo. Pou sa, se kilès k ap konsakre li nan jou sa a SENYÈ a?”
1CH 29:6 Answit chèf lakay zansèt yo, chèf a tribi Israël yo e kòmandan a dè milye e a dè santèn yo, avèk sipèvizè sou travay a wa a, te bay ofrann avèk bòn volonte;
1CH 29:7 epi pou sèvis lakay Bondye a, yo te bay senk-mil talan avèk di-mil kilo an lò, di mil talan ajan, di-zui-mil talan bwonz ak san-mil-talan an fè.
1CH 29:8 Nenpòt moun ki te posede pyè presye, yo te bay yo a trezò lakay SENYÈ a, sou jerans a Jehiel, Gèshonit lan.
1CH 29:9 Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.
1CH 29:10 Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.
1CH 29:11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout .
1CH 29:12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.
1CH 29:13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a.
1CH 29:14 Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.
1CH 29:15 Paske nou se vwayajè devan Ou, lokatè, tankou tout zansèt nou yo te ye. Jou nou sou latè a se tankou lonbraj e nanpwen espwa.
1CH 29:16 O SENYÈ a, Bondye pa nou an, tout abondans sa ke nou te founi pou bati yon kay pou non sen pa Ou, soti nan men Ou, e tout se pou Ou.
1CH 29:17 Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm.
1CH 29:18 O SENYÈ, Bondye a Abraham nan, Isaac avèk Israël, papa zansèt pa nou yo, sere sa jis pou tout tan nan entansyon kè a pèp Ou a, e dirije kè yo vè Ou menm.
1CH 29:19 Anplis, bay a fis mwen an, Salomon, yon kè entèg pou kenbe tout kòmandman Ou yo, temwayaj Ou yo ak règleman Ou yo, pou fè tout sa, pou bati tanp lan, pou sila mwen te fè pwovizyon an.”
1CH 29:20 Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.” Epi tout asanble a te beni SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, e te bese ba devan SENYÈ a e ak wa a.
1CH 29:21 Yo te fè sakrifis a SENYÈ a, e nan pwochen jou a te ofri ofrann brile a SENYÈ a; mil towo, mil belye ak mil jenn mouton avèk ofrann bwason pa yo ak sakrifis an gran kantite pou tout Israël.
1CH 29:22 Yo te manje ak bwè nan jou sa a devan SENYÈ a avèk kè kontan. Konsa, yo te fè Salomon, fis a David la, wa pou yon dezyèm fwa, e yo te onksyone li devan SENYÈ a pou l ta prens, ak Tsadok kon prèt la.
1CH 29:23 Apre, Salomon te chita sou twòn SENYÈ a kon wa olye David, papa li. Li te byen reyisi, e tout Israël te obeyi a li menm.
1CH 29:24 Tout ofisye yo, mesye pwisan yo e anplis, tout fis a Wa David yo, te sèmante fidelite a Wa Salomon.
1CH 29:25 SENYÈ a te egzalte Salomon byen wo nan zye a tout Israël, e te bay li yon majeste wayal ki pa t sou okenn wa avan li an Israël.
1CH 29:26 Alò David, fis a Jesse a te renye sou tout Israël.
1CH 29:27 Fòs tan ke li te renye sou Israël la se te karantan; li te renye Hébron pandan setan e Jérusalem pandan trann-twazan.
1CH 29:28 Epi li te mouri a yon gwo laj, trè avanse plen avèk jou, richès, avèk onè. Epi fis li a, Salomon te renye nan plas li.
1CH 29:29 Alò, zèv a Wa David yo, premye a jis rive nan dènye a, yo ekri nan Kwonik a Samuel yo, konseye a, nan Kwonik a Nathan yo, pwofèt la ak nan Kwonik a Gad yo, vwayan a,
1CH 29:30 avèk tout règn li, pouvwa li ak sikonstans ki te rive sou li yo, sou Israël ak sou tout wayòm a peyi yo.
2CH 1:1 Alò Salomon, fis a David la te etabli li menm byen solid sou wayòm li an. SENYÈ a, Bondye li a, te avèk li e Li te egzalte li anpil.
2CH 1:2 Salomon te pale a tout Israël, a kòmandan a dè milye yo e dè santèn yo, a jij yo e tout moun nan sila ki t ap dirije nan tout Israël yo, chèf lakay zansèt pa yo.
2CH 1:3 Konsa, Salomon avèk tout asanble a avèk li menm te monte nan wo plas ki te Gabaon an; paske tant asanble a Bondye ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te fè nan dezè a, te la.
2CH 1:4 Sepandan, David te gen tan mennen fè monte lach Bondye a soti Kirjath-Jearim nan plas li te prepare pou li. Paske li te fè monte yon tant pou li Jérusalem.
2CH 1:5 Alò, lotèl an bwonz ke Betsaleel, fis a Uri a, te fè a te la devan tabènak SENYÈ a, e Salomon avèk asanble a te chache jwenn li.
2CH 1:6 Salomon te monte la devan SENYÈ a kote lotèl an bwonz nan tant asanble a, e li te ofri yon mil ofrann brile sou li.
2CH 1:7 Nan lannwit, Bondye te parèt a Salomon. Li te di l: “Mande M sa pou M ta ba ou.”
2CH 1:8 Salomon te reponn a Bondye: “Ou te aji avèk papa m David avèk anpil lanmou dous, e Ou te fè m wa nan plas li.
2CH 1:9 Koulye a, O SENYÈ Bondye, Sa Ou te pwomèt a papa m nan, David, akonpli. Paske Ou te fè m wa sou yon pèp ki gran an kantite tankou pousyè latè.
2CH 1:10 Koulye a, ban mwen sajès avèk konesans, pou m kab antre sòti devan pèp sa a, paske se kilès ki kab gouvène gran pèp Ou sa a?”
2CH 1:11 Bondye te di a Salomon: “Akoz ou te gen sa nan tèt ou e ou pa t mande richès, ni byen, ni lonè, ni lavi a sila ki rayi ou yo, ni ou pa t menm mande pou yon vi long, men ou te mande pou kont ou sajès pou ou ta kab gouvène pèp Mwen an, sou sila Mwen te fè ou wa a,
2CH 1:12 sajès avèk konesans gen tan bay a ou menm. Epi Mwen va ba ou richès avèk byen, avèk lonè, tankou okenn nan wa avan ou yo pa t janmen genyen, ni sila ki va swiv ou yo.”
2CH 1:13 Konsa, Salomon te sòti nan kote wo ki te Gabaon an, li te soti nan tant asanble a, pou rive Jérusalem; e li te renye sou tout Israël.
2CH 1:14 Salomon te vin gen cha avèk chevalye. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo epi ak wa a nan Jérusalem.
2CH 1:15 Wa a te fè ajan avèk lò vin an kantite Jérusalem, menm jan avèk wòch, e li te fè bwa sèd vin anpil tankou bwa sikomò nan ba plèn nan.
2CH 1:16 Cheval Salomon yo te enpòte soti an Égypte ak Kue. Komèsan a wa yo te achte yo nan Kue.
2CH 1:17 Yo te enpòte cha yo soti an Égypte pou sis-san sik ajan chak, cheval yo pou san-senkant chak, e pa menm mwayen an, yo te fè distribisyon a tout wa Etyen yo avèk wa Siryen yo.
2CH 2:1 Alò, Salomon te deside bati yon kay pou non SENYÈ a ak yon palè wayal pou pwòp tèt li.
2CH 2:2 Pou sa, Salomon te chwazi swasann-di-mil mesye pou pote chaj, katreven-mil mesye pou taye wòch nan mòn yo, e twa-mil-sis-san pou sipèvize.
2CH 2:3 Salomon te voye kote Huram, wa Tyr la. Li te di: “Jan ou te aji avèk David la, papa m nan, Ou te voye ba li bwa sèd pou bati yon kay pou li ta rete ladann. Konsa, fè sa pou mwen.
2CH 2:4 Gade byen, mwen prè pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye a, pou l dedye a Li menm, pou brile lansan santi bon devan L, pou plase pen konsakre tout tan e pou ofri ofrann brile ni nan maten, ni nan aswè, nan Saba avèk nouvèl lin ak nan fèt etabli a SENYÈ a, Bondye nou an, sila kòm egzije jis pou tout tan an Israël.
2CH 2:5 “Kay ke m prè pou bati a va tèlman gran; paske pi gran se Bondye pa nou an, ke tout lòt dye yo.
2CH 2:6 Men se kilès ki kab bati yon kay pou Li, paske syèl yo avèk pi wo syèl yo pa kab kenbe Li? Pou sa, se kilès mwen ye, pou mwen ta dwe bati yon kay pou Li, sof ke pou brile lansan devan L.
2CH 2:7 “Alò, voye ban mwen yon nonm abil pou travay an lò, ajan, bwonz, fè ak an twal mov, kramwazi, avèk vyolèt e yon nonm ki konn grave, pou travay avèk mesye kapab ke m genyen Juda avèk Jérusalem, ke papa m, David te chwazi yo.
2CH 2:8 “Anplis, voye ban mwen bwa sèd, bwa sipre, avèk bwa sandal; twòn yo k ap sòti nan Liban, paske mwen konnen ke sèvitè ou yo konnen jan pou yo koupe bwa Liban yo. Epi anverite, sèvitè mwen yo va travay avèk sèvitè pa w yo,
2CH 2:9 pou prepare bwa konstriksyon pou mwen an gran kantite. Pwiske kay ke mwen prè pou bati a va yon gran mèvèy.
2CH 2:10 Alò, gade byen, mwen va bay a sèvitè ou yo, mesye forè ki koupe bwa konstriksyon yo, ven-mil barik ble kraze ven-mil barik lòj, ven-mil galon diven avèk ven-mil galon lwil.”
2CH 2:11 Huram, wa Tyr la, te reponn nan yon lèt voye bay Salomon: “Akoz SENYÈ a renmen pèp Li a, Li te fè ou wa sou yo.”
2CH 2:12 Konsa, Huram te kontinye: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te fè syèl la avèk tè a, ki te bay Wa David yon fis ki saj, plen avèk pridans, avèk bon konprann, ki va bati yon kay pou SENYÈ a, avèk yon palè wayal pou li menm.
2CH 2:13 “Alò, mwen ap voye Huramabi, yon nonm abil avèk anpil bon konprann,
2CH 2:14 fis a yon fanm a Dan avèk yon papa a Tyriens, ki konnen jan pou travay an lò, ajan, bwonz, fè, wòch ak bwa; anplis, avèk twal mov, vyolèt, materyo wouj, pou fè tout kalite bagay grave yo, pou swiv nenpòt plan ke li resevwa, pou travay avèk mesye a kapasite pa w yo, avèk sila a mèt mwen, ak papa ou, David.
2CH 2:15 “Alò, pou sa, kite mèt mwen an voye kote sèvitè li yo ble avèk lòj, lwil ak diven sou sa li te pale yo.
2CH 2:16 Nou va koupe nenpòt bwa konstriksyon ke ou bezwen soti nan Liban pou pote ba ou ranje mare ansanm sou lanmè pou rive Japho, pou ou kab pote l monte Jérusalem.”
2CH 2:17 Salomon te fè kontwòl a tout etranje ki te nan peyi Israël yo, pou swiv gran kontwòl ke papa li, David te fè a; epi yo te jwenn san-senkant-twa-mil-sis-san moun.
2CH 2:18 Li te chwazi swasann-di-mil nan yo pou pote chaj yo, katreven mil nan yo pou taye wòch nan mòn yo e twa-mil-sis-san sipèvizè pou fè moun yo travay.
2CH 3:1 Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an.
2CH 3:2 Li te kòmanse bati nan dezyèm jou, nan dezyèm mwa nan katriyèm ane règn pa li a.
2CH 3:3 Alò, sila yo se fondasyon ke Salomon te poze pou konstriksyon kay Bondye a. Longè a an koude, selon mezi ansyen an te swasant koude e lajè a te ven koude.
2CH 3:4 Galri ki te devan kay la te menm longè avèk lajè kay la, ven koude e wotè a san-ven. Pa anndan li te kouvri kay la avèk yon kouch lò pi.
2CH 3:5 Li te kouvri gran chanm nan avèk bwa sipre. Li te fè kouvri li ak lò fen e te dekore li avèk pye palmis avèk chenn.
2CH 3:6 Anplis, li te dekore kay la avèk pyè presye. Lò a te lò sòti Parvaïm.
2CH 3:7 Anplis, li te kouvri kay la avèk yon kouch lò—travès yo, chanbrann yo, mi li yo, avèk pòtay li yo, epi li te grave cheriben yo sou mi yo.
2CH 3:8 Alò, li te fè chanm ki pi sen pase tout lòt yo. Longè li ki te travèse lajè kay la, te ven koude, e lajè li te ven koude. Li te kouvri li avèk lò fen, ki te rive jis nan sis-san talan lò.
2CH 3:9 Pwa a klou yo te senkant sik an lò. Anplis, li te kouvri chanm anlè yo avèk lò.
2CH 3:10 Li te fè de cheriben skilpte nan chanm ki sen pase tout lòt yo a e li te kouvri yo avèk lò.
2CH 3:11 Distans zèl ouvri pou de cheriben yo te ven koude. Zèl a youn te fè senk koude pou touche mi kay la e lòt zèl la senk koude te touche pwent zèl a lòt cheriben an.
2CH 3:12 Zèl a lòt cheriben an, a senk koude, te touche mi kay la, epi lòt zèl senk koude a te tache a zèl premye cheriben an.
2CH 3:13 Zèl a cheriben sila yo te lonje pou ven koude, e yo te kanpe sou pye yo avèk fas yo vè gran chanm nan.
2CH 3:14 Li te fè vwal la avèk len vyolèt, mov, wouj, e li te fè desen cheriben yo sou li.
2CH 3:15 Anplis, li te fè de pilye pou devan kay la, trann-senk koude nan wotè e tèt anlè a sou chak te senk koude.
2CH 3:16 Li te fè chenn nan sanktyè enteryè a. Li te plase yo sou tèt pilye yo. Li te fè san grenad e te mete yo sou chenn yo.
2CH 3:17 Li te leve pilye yo pa devan tanp lan, youn adwat e lòt la agoch, epi li te rele sila adwat la Jakin e sila agoch la Boaz.
2CH 4:1 Apre, li te fè yon lotèl an bwonz, ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak dis koude nan wotè.
2CH 4:2 Anplis, li te fè yon lanmè an fè fòje, dis koude de lajè, tou won, wotè li te senk koude e sikonferans lan te trant koude.
2CH 4:3 Yon estati sanblab a bèf yo te anba li, e te antoure li, dis koude, ki te antoure lanmè a nèt. Bèf yo te an de ranje, e yo te fòje yo tankou yon sèl pyès.
2CH 4:4 Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas yo vè nò, twa avèk fas yo vè lwès, twa avèk fas yo vè sid, e twa avèk fas yo vè lès. Epi lanmè li te poze sou yo, e dèyè a tout bèt te pozisyone pa anndan.
2CH 4:5 Li te gen epesè a yon men ouvri, epi rebò li te fèt tankou sila a yon tas, tankou yon flè lis k ap ouvri. Li te resevwa e te kenbe volim a twa-mil bat.
2CH 4:6 Anplis, li te fè dis basen kote pou lave e li te pozisyone senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la pou lave bagay pou ofrann brile yo. Men lanmè a te pou prèt yo ta kab lave ladann.
2CH 4:7 Li te fè dis chandelye an lò selon òdonans ki te etabli yo e li te plase yo nan tanp lan, senk sou bò dwat la e senk sou bò goch la.
2CH 4:8 Anplis, li te fè dis tab e te plase yo nan tanp lan, senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la. Epi li te fè san bòl an lò.
2CH 4:9 Li te fè lakou prèt yo avèk gran lakou a avèk pòt pou lakou a, e li te kouvri pòt yo avèk bwonz.
2CH 4:10 Li te pozisyone lanmè a sou kote dwat kay la vè sidès.
2CH 4:11 Anplis, Huram te fè bokit sann yo, pèl ak bòl yo. Konsa, Huram te fin fè travay ke li te fè pou Salomon lakay Bondye a:
2CH 4:12 de pilye yo, bòl yo, de gran tèt pilye sou pilye yo ak de sistèm griyaj treyi yo pou kouvri de bòl a tèt pilye ki te chita sou pilye yo,
2CH 4:13 epi kat-san grenad pou de sistèm griyaj yo, de ranje grenad pou chak sistèm griyaj pou kouvri de tèt pilye ki te sou pilye yo.
2CH 4:14 Anplis, li te fè baz ak basen sou baz yo,
2CH 4:15 ak yon sèl lanmè avèk douz bèf yo anba li.
2CH 4:16 Bokit yo, pèl yo, fouchèt yo ak tout zouti li yo, Huram te fè yo avèk bwonz poli pou wa Salomon pou kay SENYÈ a.
2CH 4:17 Nan plèn Jourdain an, Wa a te fonn yo nan tè ajil ki te antre Succoth avèk Tseréda a.
2CH 4:18 Konsa, Salomon te fè tout zouti sila yo an gran kantite, jis pwa a bwonz lan pa t kab detèmine.
2CH 4:19 Anplis, Salomon te fè tout bagay ki te nan kay Bondye a: lotèl an lò a, tab yo avèk pen prezans lan sou yo,
2CH 4:20 chandelye yo avèk lanp pa yo an lò pi, pou briye devan sanktyè enteryè a jan sa te òdone a;
2CH 4:21 flè yo, lanp yo ak pens dife yo an lò byen rafine nèt;
2CH 4:22 epi etennwa yo, bòl yo, kiyè yo, ak plato sann an lò rafine yo, epi antre kay la, pòt enteryè li yo pou kote ki pi sen pase tout lòt yo a, ak pòt kay yo, sa vle di, kote gwo sanktyè a te ye a, tout te an lò.
2CH 5:1 Konsa, tout travay ke Salomon te acheve pou kay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te mennen fè antre tout bagay ke David, papa li, te dedye yo, menm ajan avèk lò a, tout zouti yo e li te mete yo nan trezò lakay Bondye a.
2CH 5:2 Apre, Salomon te rasanble nan Jérusalem ansyen Israël yo, ak tout chèf a tribi yo, chèf lakay papa zansèt a fis Israël yo, pou mennen fè monte lach SENYÈ a sòti andeyò vil David la, ki se Sion.
2CH 5:3 Tout mesye Israël yo te rasanble yo kote wa a nan fèt ki te nan setyèm mwa a.
2CH 5:4 Konsa, tout ansyen Israël yo te vini. Levit yo te leve pran lach la.
2CH 5:5 Yo te mennen lach la fè l monte avèk tant asanble a ak tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt Levit yo te mennen fè yo monte.
2CH 5:6 Epi Wa Salomon avèk tout asanble Israël ki te rasanble avèk li devan lach yo, t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab kontwole ni konte.
2CH 5:7 Answit, prèt yo te mennen lach akò a SENYÈ a antre nan plas li, anndan sanktyè enteryè kay la, nan kote ki sen pase tout lòt yo anba zèl a cheriben yo.
2CH 5:8 Paske cheriben yo te lonje zèl yo sou plas lach la, jiskaske cheriben yo te fè yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo.
2CH 5:9 Poto yo te tèlman long ke pwent poto a lach yo te vizib devan sanktyè enteryè a, men yo pa t kab wè pa deyò. Epi yo toujou la jis rive jodi a.
2CH 5:10 Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo ke Moïse te mete ladann nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo lè yo te sòti an Égypte la.
2CH 5:11 Lè prèt yo te vin sòti nan kote pi sen pase tout lòt kote yo, (paske tout prèt ki te prezan yo te deja sanktifye yo menm san kontwole divizyon sèvis pa yo),
2CH 5:12 epi tout chantè Levit yo, Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a lotèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap soufle twonpèt yo,
2CH 5:13 ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di: “Paske Li bon, lanmou dous Li a dire pou tout tan!” Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj,
2CH 5:14 jiskaske prèt yo pa t kab kanpe pou fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay Bondye a.
2CH 6:1 Epi Salomon te di: “SENYÈ a te di ke Li ta abite nan nwaj fonse a.
2CH 6:2 Mwen te bati yon kay byen wo ak yon plas pou abitasyon pa W Jis pou tout tan.”
2CH 6:3 Konsa, wa a te vire fas li pou te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble a te kanpe.
2CH 6:4 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch Li a papa m, David, e ki te acheve sa avèk men Li, lè li te di:
2CH 6:5 ‘Depi jou ke M te mennen pèp Mwen an sòti nan peyi Égypte la, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou bati yon kay pou non Mwen ta kapab la, ni Mwen pa t chwazi yon moun kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël;
2CH 6:6 men Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’
2CH 6:7 Alò, li te nan kè a papa m, David, pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
2CH 6:8 Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati kay pou non Mwen an, ou te fè byen lè sa te nan kè ou a.
2CH 6:9 Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm, li va bati kay la pou non Mwen.’”
2CH 6:10 “Koulye a, SENYÈ a gen tan fin akonpli pawòl ke Li te pale a. Paske mwen te monte nan plas a papa m David, pou chita sou twòn Israël la, jan SENYÈ a te pale a, e te bati kay la pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
2CH 6:11 La, mwen te mete lach ki gen akò SENYÈ a ladann nan, akò ke Li te fè avèk fis Israël yo.”
2CH 6:12 Konsa, li te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li.
2CH 6:13 Alò, Salomon te fè yon etaj an bwonz, senk koude nan longè, senk koude nan lajè ak twa koude nan wotè e li te plase li nan mitan gran lakou a. Epi li te kanpe sou li, li te mete li ajenou nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li vè syèl la.
2CH 6:14 Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen dye tankou Ou nan syèl la ni sou tè a, k ap kenbe akò avèk lanmou dous avèk sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo;
2CH 6:15 ki te kenbe pawòl avèk sèvitè Ou, David, papa m, nan sa ke Ou te pwomèt li a. Anverite, Ou te pale avèk bouch Ou, e Ou te akonpli li avèk men Ou, jan sa ye jodi a.
2CH 6:16 “Pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, sa ke ou te pwomèt li a. Ou te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo fè atansyon nan chemen yo, pou mache nan lalwa pa Mwen, jan ou te mache devan M nan.’
2CH 6:17 Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kite pawòl Ou konfime nan sa Ou te pale a sèvitè Ou a, David.
2CH 6:18 “Men èske Bondye va vrèman rete avèk lòm sou tè a? Gade byen, syèl la avèk pi wo syèl la pa kab kenbe Ou; bokou mwens, pou kay sa a ke m te konstwi a.
2CH 6:19 Malgre sa, prete atansyon a lapriyè a sèvitè Ou a, avèk sa li mande a, O SENYÈ Bondye mwen an, pou koute lè m kriye ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou;
2CH 6:20 pou zye Ou kapab ouvri vè kay sa a lajounen kon lannwit, vè plas sou sila Ou te di ke Ou ta mete non Ou la, pou koute lapriyè ke sèvitè Ou a va fè vè plas sa a.
2CH 6:21 Koute a siplikasyon a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël, lè yo priye vè plas sa a; koute depi nan abitasyon Ou an, nan syèl la; e lè Ou koute, padone.
2CH 6:22 “Si yon nonm peche kont vwazen li, pou li oblije sèmante e li vin fè yon sèman devan lotèl Ou nan kay sila a,
2CH 6:23 alò, tande soti nan syèl la e aji pou jije sèvitè Ou yo, avèk pinisyon pou mechan an k ap fè chemen pa li vin tonbe sou pwòp tèt li, epi pou rann jistis a sila ki dwat yo e ba li selon ladwati li.
2CH 6:24 “Si pèp Ou a ta vin bat devan yon lènmi akoz peche ke yo konn fè kont Ou, e yo retounen kote Ou pou konfese non Ou; si yo priye devan Ou e fè siplikasyon devan Ou nan kay sa a,
2CH 6:25 alò, koute soti nan syèl la, e padone peche a pèp Ou a, Israël. Mennen yo retounen nan peyi ke Ou te bay a yo menm avèk zansèt pa yo.
2CH 6:26 “Lè syèl yo vin fèmen e nanpwen lapli akoz peche ke yo fè kont Ou, si yo fè lapriyè vè plas sa a e konfese non Ou, pou yo vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo;
2CH 6:27 alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo selon bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, epi voye lapli sou tè ke Ou te bay a pèp Ou a kòm eritaj la.
2CH 6:28 “Si gen gwo grangou nan peyi a, si se gwo maladi, si gen gwo dega jaden ak bèt, oswa kanni, si gen krikèt oswa bèt volan, si lènmi yo fè syèj a yo menm nan tèren vil yo, nenpòt toumant, nenpòt maladi,
2CH 6:29 nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Ou a, Israël, chak moun ki konnen pwòp soufrans li ak pwòp doulè li e ki vin ouvri men li vè kay sila a,
2CH 6:30 nan lè sa a, koute depi nan syèl la, abitasyon pa Ou a, epi padone e bay a chak moun selon pwòp chemen li, kè a sila Ou konnen yo (paske Ou menm sèl konnen kè a fis a lòm yo),
2CH 6:31 pou yo ta kapab gen lakrent Ou, pou mache nan chemen Ou yo pou tout tan ke yo rete nan peyi ke Ou te bay a zansèt nou yo.
2CH 6:32 “Anplis, selon etranje ki pa sòti nan pèp Ou a, Israël, lè li sòti nan yon peyi lwen, akoz gran non pa Ou, avèk men pwisan Ou ak bwa Ou ki lonje byen ouvri a, lè yo vini fè lapriyè vè kay sila a,
2CH 6:33 alò, koute depi nan syèl la, depi abitasyon Ou a, e fè selon tout sa ke etranje sila a vin mande Ou, jis pou tout pèp sou latè yo kapab konnen non Ou e gen lakrent ou, jan pèp Israël Ou a konn fè a, pou yo kapab rekonèt ke kay sila ke m te bati a rele pa non Ou.
2CH 6:34 “Lè pèp Ou a sòti pou batay kont lènmi yo, pa nenpòt chemen ke Ou ta voye yo, e yo priye a Ou menm vè vil sila ke Ou te chwazi ak kay ke m te bati pou non Ou a,
2CH 6:35 nan lè sa a, koute lapriyè yo soti nan syèl la avèk siplikasyon yo, e bay soutyen a koz pa yo.
2CH 6:36 “Lè yo fè peche kont Ou (paske nanpwen lòm ki pa peche), epi Ou fache avèk yo jis Ou livre yo a yon lènmi, e yo pran yo mete an kaptivite nan yon peyi lwen, oswa pre;
2CH 6:37 si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen an kaptivite a, repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi kaptivite yo a, e di: ‘Nou te peche, nou fè inikite e te aji avèk mechanste;’
2CH 6:38 si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo, avèk tout nanm yo soti nan peyi kaptivite yo a, kote yo te mennen yo an kaptivite a, e priye vè peyi yo a ke Ou te bay a zansèt yo, ak vil ke Ou te chwazi a, e vè kay ke m te bati pou non Ou a,
2CH 6:39 alò, tande, depi nan syèl la, depi nan abitasyon pa Ou a, lapriyè pa yo, avèk siplikasyon pa yo, e bay soutyen a koz pa yo, epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou.
2CH 6:40 “Koulye a, O Bondye mwen, mwen priye, kite zye Ou louvri e zòrèy ou vin atantif a lapriyè sa a, ki fèt nan plas sa a.
2CH 6:41 “Alò, pou sa, leve, O SENYÈ Bondye, a plas repo pa Ou a, Ou menm avèk lach pwisan pa Ou a. Kite prèt Ou yo, SENYÈ Bondye, abiye avèk sali, e kite fidèl Ou yo rejwi nan tout sa ki bon.
2CH 6:42 “O SENYÈ Bondye, pa vire kite fas a onksyone pa Ou a. Sonje lanmou dous Ou vè sèvitè Ou a, David.”
2CH 7:1 Alò, lè Salomon te fin fè priyè a, dife a te sòti nan syèl la pou te boule ofrann brile a avèk sakrifis yo; e glwa a SENYÈ a te ranpli kay la.
2CH 7:2 Prèt yo pa t kab antre lakay SENYÈ a akoz glwa SENYÈ a te ranpli kay la.
2CH 7:3 Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di: “Konsa Li bon, paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”
2CH 7:4 Epi wa a avèk tout pèp la te ofri sakrifis devan SENYÈ a.
2CH 7:5 Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a.
2CH 7:6 Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe.
2CH 7:7 Salomon te konsakre mitan lakou ki te devan kay SENYÈ a pou fè l sen. Paske la, li te ofri ofrann brile ak grès ofrann lapè yo akoz lotèl an bwonz ke Salomon te fè a pa t kab kenbe ofrann brile a, ofrann sereyal la ak grès la.
2CH 7:8 Konsa, Salomon te obsève fèt la nan tan sa a pandan sèt jou e tout Israël avèk li; yon trè gran asanble ki te sòti depi nan antre Hamath jis rive nan flèv Égypte la.
2CH 7:9 Nan uityèm jou a, yo te kenbe yon asanble solanèl pou obsève dedikasyon lotèl la. Yo te obsève l pou sèt jou, e fèt la pandan sèt jou.
2CH 7:10 Epi sou venn-twazyèm jou nan setyèm mwa a, li te voye pèp la nan tant yo, ranpli avèk jwa e avèk kè kontan, akoz bonte ke SENYÈ a te montre a David, a Salomon e a pèp Li a, Israël.
2CH 7:11 Se konsa Salomon te fini kay SENYÈ a avèk palè wa a, e li te acheve nèt tout sa ke li te fè plan pou fè lakay SENYÈ a ak nan kay pa li a.
2CH 7:12 Konsa, SENYÈ a te parèt a Salomon nan nwit lan. Li te di l: “Mwen te tande lapriyè ou a, e Mwen te chwazi plas sa a pou Mwen menm kòm yon kay sakrifis.
2CH 7:13 “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an,
2CH 7:14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.
2CH 7:15 Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a.
2CH 7:16 Paske koulye a, Mwen gen tan chwazi e konsakre kay sila a pou non Mwen kapab la jis pou tout tan. Zye Mwen ak kè Mwen va la pou tout tan.
2CH 7:17 “Epi pou ou menm, si ou mache devan M tankou papa ou, David te mache a, fè selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo, e kenbe règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo,
2CH 7:18 alò, Mwen va etabli twòn wayal ou a jan Mwen te sèmante a David la, lè M te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou gouvène an Israël.’
2CH 7:19 “Men si ou vire kite e abandone règleman Mwen yo, avèk kòmandman ke M te mete devan ou yo, pou ale sèvi lòt dye yo e adore yo,
2CH 7:20 alò, Mwen va dechouke ou soti nan peyi ke M te ba ou a, ak kay sa a, ke Mwen te konsakre pou non pa Mwen an, Mwen va jete l andeyò vizaj Mwen, e Mwen va fè li yon pwovèb ak yon rizib pami tout pèp yo.
2CH 7:21 Epi pou kay sila a, ki egzalte tèlman wo, tout moun ki pase kote li va etone e va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a, e a kay sila a?
2CH 7:22 Epi konsa, yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo soti nan peyi Égypte la, pou yo te adopte lòt dye yo, e te adore yo e te sèvi yo. Se pou sa, Li te mennen tout mal sila a sou yo.’”
2CH 8:1 Alò, li te vin rive nan fen ven ane pandan sila yo Salomon te bati kay SENYÈ a avèk pwòp kay li a,
2CH 8:2 ke li te fin bati vil ke Huram te ba li yo, e li te etabli Izrayelit yo ladann.
2CH 8:3 Epi Salomon te ale kote Hamath-Tsoba e te kaptire li.
2CH 8:4 Li te bati Thadmor nan dezè a ak tout vil depo ke li te bati nan Hamath yo.
2CH 8:5 Anplis, li te bati Wo Beth-Horon an avèk Ba Beth-Horon an, vil fòtifye avèk miray, pòtay ak fè fòje;
2CH 8:6 avèk Baalath ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, tout vil pou cha li yo avèk vil pou chevalye yo ak tout sa ki te fè kè Salomon kontan pou bati nan Jérusalem, nan Liban ak nan tout peyi ki te anba règleman li yo.
2CH 8:7 Tout moun nan pèp la ki te rete nan Etyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, avèk Jebizyen ki pa t yon pati nan Israël,
2CH 8:8 ki te sòti nan desandan pa yo ki te kite nan peyi, ke fis Israël yo pa t detwi yo, yo menm, Salomon te fè yo leve kòm ouvriye kòve ki fèt jis rive jodi a.
2CH 8:9 Men Salomon pa t fè esklav pou travay li pami fis Israël yo. Yo te mesye lagè, chèf kapitèn li avèk kòmandan a cha li yo ak chevalye li yo.
2CH 8:10 Sila yo te chèf prensipal a Wa Salomon; de san senkant yo ki te dirijan sou pèp la.
2CH 8:11 Salomon te mennen fè monte fi a Farawon an soti Jérusalem pou rive nan kay ke li te bati pou li a, paske li te di: “Madanm mwen p ap rete lakay David, wa Israël la, akoz plas yo kote lach SENYÈ a te ye a sen.”
2CH 8:12 Salomon te ofri ofrann brile bay SENYÈ a, sou lotèl ke li te bati devan galri a.
2CH 8:13 Sa te fèt selon règleman a chak jou. Li te ofri yo selon lòd Moïse pou Saba yo, nouvèl lin yo, fèt apwente yo twa fwa pa lan yo—Fèt Pen San Ledven an, Fèt Semèn Yo, ak Fèt Tonèl Yo.
2CH 8:14 Alò, selon règleman a papa li yo, David, li te chwazi divizyon a prèt yo pou sèvis pa yo, Levit yo pou devwa pa yo, pou fè lwanj e fè sèvis devan prèt yo selon règ a chak jou a, e gadyen pòtay pa divizyon pa yo nan chak pòtay. Paske se konsa David, nonm Bondye a, te konn kòmande sa.
2CH 8:15 Epi yo pa t varye menm nan lòd wa a ak prèt yo avèk Levit yo nan okenn fason ki te konsène kay depo trezò yo.
2CH 8:16 Konsa, tout travay a Salomon an te akonpli depi jou lakay SENYÈ a te etabli a, jiskaske li te fini. Konsa, lakay SENYÈ a te konplete.
2CH 8:17 Konsa, Salomon te ale kote Etsjon-Guéber ak Élath sou lanmè peyi Édom an.
2CH 8:18 Epi Huram, pa sèvitè li yo te voye bato kote li avèk sèvitè ki te konnen lanmè yo. Yo te ale avèk sèvitè a Salomon yo nan Ophir e yo te pran soti la, kat-san-senkant talan lò pou te pote yo kote Wa Salomon an.
2CH 9:1 Alò, depi rèn Séba te tande afè rekonesans a Salomon an, li te vini Jérusalem pou fè pase Salomon a leprèv avèk kesyon ki te byen difisil. Li te gen yon gran konpanyen moun avèk chamo chaje avèk epis ak yon gran kantite lò, avèk pyè presye. Lè li te rive kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li.
2CH 9:2 Salomon te reponn tout kesyon li yo. Anyen pa t kache a Salomon ke li pa t eksplike li.
2CH 9:3 Lè rèn Séba te fin wè sajès a Salomon an, kay ke li te bati a,
2CH 9:4 manje sou tab li, aranjman pozisyon chèz sèvitè li yo, konpòtman avèk abiman ministè li yo, eskalye li a sou sila li te konn monte pou rive lakay SENYÈ a, sa te fè l pèdi souf.
2CH 9:5 Li te di a wa a: “Se te verite; rapò ke m te tande nan pwòp peyi mwen konsènan pawòl avèk sajès ou.
2CH 9:6 Sepandan, mwen pa t kwè rapò yo jiskaske m te rive, e zye m vin wè. Epi vwala, mwatye a grandè a sajès yo pa t pale mwen sa. Ou depase rapò ke m te tande a.
2CH 9:7 Jan mesye pa ou yo beni, jan sèvitè ou yo ki kanpe devan ou tout tan pou tande sajès ou yo beni!
2CH 9:8 Beniswa SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou, e ki te mete ou sou twòn Li kòm wa pou SENYÈ a, Bondye ou a, akoz Bondye ou a te renmen Israël, Li etabli yo jis pou tout tan. Pou sa, Li te fè ou wa sou yo, pou fè lajistis avèk ladwati.”
2CH 9:9 Apre sa, li te bay wa a san-ven talan lò avèk yon trè gran kantite epis avèk pyè presye. Pa t janm te konn gen epis kon sa yo ke rèn Séba te bay a Wa Salomon an.
2CH 9:10 Sèvitè a Huram yo avèk sèvitè a Salomon ki te pote lò sòti nan Ophir yo, anplis te pote bwa sandal avèk pyè presye yo.
2CH 9:11 Avèk bwa sandal yo, wa a te fè eskalye pou kay SENYÈ a ak pou palè wa a ak gita, avèk ap pou chantè yo. Epi nanpwen bagay konsa ki te konn wè avan nan peyi Juda.
2CH 9:12 Wa Salomon te bay a rèn Séba tout dezi li nan sa li te mande, plis ke sa li te pote bay wa a. Alò, li te vire retounen nan peyi li avèk sèvitè li yo.
2CH 9:13 Alò, pwa a lò ki te vini a Salomon nan en an te sis-san-swasann-sis talan an lò,
2CH 9:14 anplis de sa ke machann avèk komèsan yo te pote. Tout wa Arabie avèk dirijan peyi sa yo te mennen lò avèk ajan bay Salomon.
2CH 9:15 Wa Salomon te fè de-san gran boukliye defans an lò bat, ki te sèvi sis-san sik lò nan chak gran boukliye.
2CH 9:16 Li te fè twa-san boukliye ki te sèvi twa-san sik lò sou chak boukliye e wa a te mete yo nan kay Forè Liban an.
2CH 9:17 Anplis, wa a te fè yon gran twòn avèk ivwa, e li te kouvri li avèk lò pi.
2CH 9:18 Te gen sis mach pye eskalye ki pou rive nan twòn nan ak yon mach pye eskalye an lò ki te tache a twòn nan, avèk manch nan chak kote chèz la, avèk de lyon ki te kanpe akote manch yo.
2CH 9:19 Douz lyon yo te kanpe la sou sis etap eskalye sou yon kote ak sou lòt la. Nanpwen anyen tankou li ki te fèt pou okenn lòt wayòm.
2CH 9:20 Tout veso pou bwè ke Salomon te genyen yo te fèt an lò, e tout veso nan kay Forè Liban an te lò pi. Ajan pa t konsidere kòm tèlman valab nan jou a Salomon yo.
2CH 9:21 Paske wa a te gen bato ki te konn ale Tarsis avèk sèvitè a Huram yo. Yon fwa chak twazan, bato Tarsis yo te antre avèk lò ak ajan, ivwa, makak ak zwazo pan yo.
2CH 9:22 Konsa, Wa Salomon te vin pi gran pase tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès.
2CH 9:23 Epi tout wa latè yo t ap chache prezans a Salomon pou tande sajès ke Bondye te mete nan kè li.
2CH 9:24 Yo chak te pote pwòp kado pa yo: bagay an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval, milèt, an gran kantite ane pa ane.
2CH 9:25 Alò, Salomon te gen kat-mil estasyon separe pou cheval avèk cha e douz-mil chevalye. Li te pozisyone yo nan vil cha yo ak kote wa a nan Jérusalem.
2CH 9:26 Li te mèt sou tout wa yo soti nan Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo, e jis rive nan lizyè Égypte la.
2CH 9:27 Wa a te fè ajan gaye tankou wòch Jérusalem, e li te fè sèd yo anpil tankou bwa sikomò ki nan ba plèn nan.
2CH 9:28 Yo te mennen cheval pou Salomon soti an Égypte avèk tout peyi yo.
2CH 9:29 Alò, tout lòt zèv a Salomon yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Nathan yo, pwofèt la, nan pwofesi Achija a, Silonit lan, ak nan vizyon a Jéedo yo, konseye a Jéroboam nan, fis a Nebath la?
2CH 9:30 Salomon te renye pandan karantan Jérusalem ak sou tout Israël.
2CH 9:31 Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil papa li, David. Fis li, Roboam te renye nan plas li.
2CH 10:1 Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè l vin wa.
2CH 10:2 Lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, (paske li te an Égypte kote li te sove ale rive pou l kite prezans a wa Salomon), Jéroboam te retounen soti an Égypte.
2CH 10:3 Pou sa, yo te voye lòd pou l vini. Lè Jéroboam avèk tout Israël te vini, yo te pale ak Roboam. Yo te di:
2CH 10:4 “Papa ou te fè fado nou rèd. Alò, pou sa, lache sèvis di a papa ou ak fado lou a ke li te konn mete sou nou an, e nou va sèvi ou.”
2CH 10:5 Li te di yo: “Retounen kote mwen nan twa jou.” Konsa, pèp la te ale.
2CH 10:6 Alò, Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?”
2CH 10:7 Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.”
2CH 10:8 Men li te echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l.
2CH 10:9 Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’”
2CH 10:10 Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m!
2CH 10:11 Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’”
2CH 10:12 Konsa, Jéroboam avèk tout pèp la te parèt a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.”
2CH 10:13 Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo.
2CH 10:14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e li te di: “Papa m te konn fè jouk nou lou, men mwen va mete anplis sou li. Papa m te fè disiplin avèk fwèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.”
2CH 10:15 Konsa, wa a pa t koute pèp la, paske sa se te yon boulvèsman ki te soti nan Bondye, pou SENYÈ a ta kapab etabli pawòl ke Li te pale pa Achija, Silonit lan, a Jéroboam nan, fis a Nebath la.
2CH 10:16 Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pòsyon nou gen nan David? Nanpwen eritaj pou nou nan fis Jesse a! Tout gason rive nan tant ou, O Israël! Koulye a, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa, tout Israël te pati rive nan tant yo.
2CH 10:17 Men pou fis Israël ki te rive nan vil a Juda yo, Roboam te renye sou yo.
2CH 10:18 Epi Wa Roboam te voye Hadoram ki te chèf kòve yo, e fis Israël yo te lapide li ak kout wòch jiskaske li te mouri. Wa Roboam te fè vit monte cha li pou sove ale rive Jérusalem.
2CH 10:19 Konsa, Israël te vin nan rebelyon kont kay David la jis rive jodi a.
2CH 11:1 Alò, lè Roboam te vini Jérusalem. Li te rasanble lakay Juda avèk Benjamin, san-katre-ven-mil mesye byen chwazi ki te gèrye, pou goumen kont Israël pou reprann wayòm nan pou Roboam.
2CH 11:2 Men pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, nonm Bondye a, Li te di:
2CH 11:3 “Pale a Roboam, fis a Salomon an, wa a Juda a ak tout Israël nan Juda avèk Benjamin pou di:
2CH 11:4 ‘Konsa pale SENYÈ a: “Nou pa pou monte ni goumen kont fanmi pa nou yo! Retounen chak mesye yo lakay yo, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen pou yo pa sòti kont Jéroboam.
2CH 11:5 Roboam te viv Jérusalem, e li te bati vil pou fè defans nan Juda.
2CH 11:6 Konsa li te bati Bethléem, Étham, Tekoa,
2CH 11:7 Beth-Tsur, Soko, Adullam,
2CH 11:8 Gath, Maréscha, Ziph,
2CH 11:9 Adoraïm, Lakis, Azéka
2CH 11:10 Tsorea, Ajalon avèk Hébron, ki se vil fòtifye nan Juda ak nan Benjamin.
2CH 11:11 Anplis, li te ranfòse fò yo, e li te mete kòmandan ladan yo avèk depo manje, lwil ak diven.
2CH 11:12 Li te mete boukliye defans avèk lans nan chak vil yo, e li te byen fòtifye yo. Konsa, Juda avèk Benjamin te pou li.
2CH 11:13 Anplis, prèt avèk Levit ki te nan tout Israël yo te kanpe avèk li soti nan landwa pa yo.
2CH 11:14 Paske Levit yo te kite tè patiraj pa yo pou te rive Juda avèk Jérusalem, paske Jéroboam te bloke sèvis yo kòm prèt SENYÈ a.
2CH 11:15 Li te etabli prèt pa li yo pou kont li pou sèvi nan wo plas yo, pou imaj bouk yo avèk jenn bèf ke li te fè yo.
2CH 11:16 Sila yo nan tout tribi Israël ki te dispoze kè yo pou swiv SENYÈ a, Bondye Israël la, te swiv yo rive Jérusalem pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
2CH 11:17 Yo te fòtifye wayòm Juda a, e yo te bay soutyen a Roboam, fis Salomon an pandan twazan, paske yo te mache nan chemen David avèk Salomon an pandan twazan.
2CH 11:18 Alò, Roboam te pran kòm madanm li, Mahalath, fi a Jerimoth la, fis a David la avèk Abichaïl, fi a Éliab la, fis a Jesse a.
2CH 11:19 Li te fè fis yo: Jeusch, Schemaria, avèk Zaham.
2CH 11:20 Apre, li te pran Maaca, fi a Absalom an. Li te fè pou li Abija, Attaï, Ziza, avèk Schelomith.
2CH 11:21 Roboam te renmen Maaca, fi a Absalom an plis pase tout lòt madanm avèk ti mennaj li yo. Paske li te pran dizuit madanm avèk swasant mennaj, e li te fè venn-tuit fis ak swasant fi.
2CH 11:22 Roboam te chwazi Abija, fis a Maaca a kòm chèf e dirijan pami frè li yo, paske li te gen entansyon fè l wa.
2CH 11:23 Li te aji avèk sajès, e li te plase fis li yo nan tout tèritwa a Juda avèk Benjamin nan tout vil fòtifye yo, e li te ba yo anpil manje. Epi li te chache anpil madanm pou yo.
2CH 12:1 Lè wayòm a Roboam nan te fin etabli e li te gen fòs, li menm ak tout Israël avèk li te abandone lalwa SENYÈ a.
2CH 12:2 Konsa, li te vin rive nan senkyèm ane a Roboam nan, akoz yo pa t fidèl a SENYÈ a, ke Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem,
2CH 12:3 avèk mil-de-san cha ak swasann-di-mil chevalye. Epi moun ki te vini avèk li soti an Égypte yo te depase kontwòl: Libyen yo, Sikyen ak Etyopyen yo.
2CH 12:4 Li te kaptire vil fòtifye Juda yo, e li te rive jis Jérusalem.
2CH 12:5 Epi Schemaeja, pwofèt la, te vin kote Roboam avèk chèf Juda ki te rasanble nan Jérusalem akoz Schischak yo, e li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Ou te abandone Mwen, e pou sa, Mwen te abandone ou bay Schischak.’”
2CH 12:6 Pou sa, chèf Israël yo avèk wa a te imilye yo. Yo te di: “SENYÈ a jis.”
2CH 12:7 Lè SENYÈ a te wè ke yo te imilye yo, pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, e te di: “Yo te imilye yo. Pou sa, Mwen p ap detwi yo, men Mwen va ba yo yon mezi delivrans, e lakòlè Mwen p ap vide sou Jérusalem pa mwayen a Schischak.
2CH 12:8 Men yo va devni esklav li, pou yo kab vin konprann antre sèvi Mwen ak sèvi wayòm lòt peyi yo.”
2CH 12:9 Konsa Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, e li te pran tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò nan palè wa a. Li te pran tout bagay.
2CH 12:10 Konsa, Wa Roboam te fè boukliye defans an bwonz pou ranplase yo, e li te mete yo anba pwotèj a kòmandan gad ki te gadyen pòtay lakay wa yo.
2CH 12:11 Depi wa a te antre lakay SENYÈ a, gad yo te pote yo vini, e apre, yo te mennen yo tounen nan chanm gad yo.
2CH 12:12 Epi lè li te fin imilye li, lakòlè SENYÈ a te vire kite li, pou l pa ta detwi nèt; epi anplis, tout bagay te mache byen an Juda.
2CH 12:13 Konsa, Wa Roboam te ranfòse tèt li Jérusalem, e li te renye. Alò, Roboam te gen laj karanteyen ane lè li te kòmanse renye, e li te renye di-sèt-ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li an. Epi non manman li te Naama, Amoreyèn nan.
2CH 12:14 Li te fè mal, paske li pa t aplike kè l pou konnen SENYÈ a.
2CH 12:15 Alò, zèv a Roboam yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Schemaeja yo, pwofèt a Iddo a, konseye a, selon anrejistreman zansèt yo? Epi te gen lagè kont Roboam avèk Jéroboam tout tan.
2CH 12:16 Konsa, Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil David la. Epi fis li a, Abija te vin wa nan plas li.
2CH 13:1 Nan di-zuityèm ane Wa Jéroboam nan, Abijah te devni wa sou Juda.
2CH 13:2 Li te renye pandan twazan Jérusalem. Non manman l te Micaja, fi a Uriel la nan Guibea. Alò, te gen lagè antre Abija avèk Jéroboam.
2CH 13:3 Abija te ouvri batay la avèk yon lame gèrye vanyan, kat-san-mil mesye byen chwazi, pandan Jéroboam t ap fè fòmasyon batay la kont li avèk ui-san-mil mesye byen chwazi, gèrye vanyan.
2CH 13:4 Abija te kanpe sou Mòn Tsemaraïm ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, e li te di: “Koute mwen, O Jéroboam avèk tout Israël:
2CH 13:5 Èske ou pa konnen ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay pouvwa sou Israël jis pou tout tan a David avèk fis li yo pa yon sèl akò?
2CH 13:6 Men Jéroboam, fis a Nebath la, sèvitè a Salomon an, fis a David la, te leve e te fè rebèl kont mèt li a.
2CH 13:7 Yon bann sanzave te rasanble vè li menm, vagabon yo, yon eprèv ki te twò fò pou Roboam, fis a Salomon an, lè li te trè jèn, timid e li pa t ka kenbe plas pa l kont yo.
2CH 13:8 “Epi koulye a, ou gen entansyon fè rezistans kont wayòm SENYÈ a pa fis a David yo. Se yon gran foul nou ye, e nou gen avèk nou jenn bèf an lò ke Jéroboam te fè kòm dye pou nou.
2CH 13:9 Èske nou pa t chase mete deyò prèt SENYÈ yo, fis a Aaron yo avèk Levit yo, e te fè pou kont nou prèt tankou pèp lòt peyi yo? Nenpòt moun ki vini konsakre li menm avèk yon jenn towo ak sèt belye, menm li menm kapab devni yon prèt a sila ki pa dye yo.
2CH 13:10 “Men pou nou, SENYÈ a se Bondye pa nou an e nou pa t abandone Li. Fis Aaron yo ap fè sèvis a SENYÈ a kòm prèt e se Levit yo ki fè travay a yo menm.
2CH 13:11 Chak maten e chak swa, yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li.
2CH 13:12 Koulye a, veye byen, Bondye avèk nou sou tèt nou, e prèt Li yo avèk twonpèt siyal pou sonnen alam kont nou. O fis Israël yo, pa goumen kont SENYÈ a zansèt nou yo, paske nou p ap reyisi.”
2CH 13:13 Men Jéroboam te fè yon anbiskad pou vini pa dèyè, pou Israël ta devan Juda e anbiskad la pa dèyè yo.
2CH 13:14 Lè Juda te vire, alò yo te atake ni devan ni dèyè; pou sa, yo te kriye a SENYÈ a e prèt yo te soufle twonpèt yo.
2CH 13:15 Konsa mesye Juda te fè leve kri lagè a, e nan moman sa a, Bondye te boulvèse Jéroboam avèk tout Israël devan Abija avèk Juda.
2CH 13:16 Lè fis Israël yo te fin sove ale devan Juda, Bondye te livre yo nan men yo.
2CH 13:17 Abija avèk pèp li a te detwi yo avèk yon gwo masak, jiskaske senk-san-mil mesye Israël te tonbe mouri.
2CH 13:18 Konsa, fis Israël yo te soumèt nan tan sa a, e fis Juda yo te pran viktwa a akoz yo te depan de SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
2CH 13:19 Abija te kouri dèyè Jéroboam e te kaptire plizyè vil nan men li: Béthel avèk bouk pa li yo, Jeschana avèk bouk pa li yo, e Éphron avèk bouk pa li yo.
2CH 13:20 Jéroboam pa t ankò reprann fòs li nan jou a Abija yo. SENYÈ a te frape li e li te vin mouri.
2CH 13:21 Men Abija te vin fò. Li te pran katòz madanm pou kont li, e li te devni papa a venn-de fis ak sèz fi.
2CH 13:22 Alò, tout lòt zèv Abija yo, avèk chemen pa li yo ekri nan memwa a pwofèt la, Iddo.
2CH 14:1 Konsa, Abija te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David la. Fis li a, Asa, te vin wa nan plas li. Peyi a te rete kalm e san pwoblèm pandan dizan pandan jou li yo.
2CH 14:2 Asa te fè byen ak sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye li a,
2CH 14:3 paske li te retire lotèl etranje yo avèk wo plas yo, e li te chire pilye sakre yo avèk Asherim yo.
2CH 14:4 Li te kòmande Juda pou chache SENYÈ a zansèt yo a, e swiv lalwa avèk kòmandman an.
2CH 14:5 Li te osi retire wo plas yo avèk lotèl lansan yo soti nan tout vil Juda yo. Wayòm nan te rete kalm anba li.
2CH 14:6 Li te bati vil fòtifye Juda yo, akoz peyi a te san pwoblèm e pa t gen okenn moun ki te fè lagè avèk li pandan ane sila yo, akoz SENYÈ a te ba li repo.
2CH 14:7 Paske li te di a Juda: “Annou bati vil sila yo e antoure yo avèk miray avèk wo tou, pòtay avèk ba an fè. Peyi a toujou pou nou akoz nou te chache SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te chache Li, e Li te bannou repo sou tout kote.” Konsa yo te bati e yo te byen reyisi.
2CH 14:8 Alò, Asa te gen yon lame a twa-san-mil mesye soti nan Juda, avèk gran boukliye defans ak lans e de-san-katreven-mil soti nan Benjamin ki te pote boukliye defans e te manyen banza. Tout nan yo, te gèrye ki plen kouraj.
2CH 14:9 Alò, Zérach, Etyopyen an, te vin parèt kont yo avèk yon lame a yon-milyon moun ak twa-san cha, e li te rive nan Maréscha.
2CH 14:10 Pou sa, Asa te sòti pou rankontre li, e yo te parèt nan chan batay yo nan vale Maréscha a.
2CH 14:11 Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”
2CH 14:12 Konsa, SENYÈ a te boulvèse Etyopyen devan Asa yo ak devan Juda yo, e Etyopyen yo te sove ale.
2CH 14:13 Asa avèk moun ki te avèk li yo te kouri dèyè yo jis rive Guérar. Yon tèlman gran kantite Etyopyen te tonbe ke yo pa t kab kanpe ankò; paske yo te kraze nèt devan SENYÈ a ak devan lame Li a. Lame Juda a te pote fè sòti yon trè gran piyaj.
2CH 14:14 Yo te detwi tout vil ki te antoure Guérar yo, paske laperèz SENYÈ a te fin tonbe sou vil yo. Epi yo te depouye tout vil yo, paske yo te gen anpil piyaj.
2CH 14:15 Anplis, yo te touye sila ki te gen bèt yo, e yo te pote ale yon gran kantite mouton avèk chamo. Answit, yo te retounen Jérusalem.
2CH 15:1 Alò, Lespri Bondye a te vini sou Azaria, fis a Obed la.
2CH 15:2 Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.
2CH 15:3 Pandan anpil jou, Israël te kon san vre Bondye a, san enstriksyon, san prèt e san lalwa.
2CH 15:4 Men nan gran twoub yo, yo te vire kote SENYÈ a, Bondye Israël la. Yo te chache Li e yo te jwenn Li.
2CH 15:5 Nan tan sa yo, pa t gen lapè pou sila ki sòti, ni sila ki antre a, paske anpil gwo zen te twouble tout moun ki te rete nan peyi yo.
2CH 15:6 Nasyon te kraze pa nasyon, vil pa vil, paske Bondye te twouble yo avèk tout kalite gwo twoub.
2CH 15:7 Men nou menm, kenbe fèm e pa pèdi kouraj, paske gen rekonpans pou travay nou yo.”
2CH 15:8 Lè Asa te tande pawòl sila yo avèk pwofesi ke Azaria, fis a Obed la, te pale a, li te pran kouraj, e li te retire zidòl abominab yo soti nan tout peyi Juda avèk Benjamin yo, ak nan vil ke li te kaptire nan peyi kolin Éphraïm yo. Lè l fini, li te restore lotèl SENYÈ a ki te devan galri SENYÈ a.
2CH 15:9 Li te rasanble tout Juda avèk Benjamin avèk tout sila ki te sòti Éphraïm, Manassé ak Siméon yo, ki te rete avèk yo, paske anpil nan yo te vin jwenn li soti an Israël lè yo te wè ke SENYÈ a, Bondye a, te avèk li.
2CH 15:10 Konsa, yo te rasanble Jérusalem nan twazyèm mwa, nan kenzyèm ane, nan règn Asa a.
2CH 15:11 Yo te fè sakrifis bay SENYÈ a nan jou sa a, sèt-san bèf avèk sèt-mil mouton soti nan piyaj ke yo te pote a.
2CH 15:12 Yo te antre nan akò pou chache SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, avèk tout kè yo ak nanm yo;
2CH 15:13 epi ke nenpòt moun ki te refize chache SENYÈ a, Bondye Israël la, ta dwe mete a lanmò, piti kon gran, gason kon fanm.
2CH 15:14 Anplis, yo te fè yon sèman bay SENYÈ avèk yon gwo kri, avèk twonpèt e avèk ti twonpèt wo vwa a.
2CH 15:15 Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.
2CH 15:16 Anplis, li te retire Maaca, manman a Wa Asa a, nan pozisyon rèn nan, akoz li te fè imaj li byen abominab tankou yon Astarté, e Asa te fè koupe imaj abominab li a. Li te kraze li, e li brile li nan flèv Cédron an.
2CH 15:17 Men wo plas yo pat retire soti an Israël; sepandan, kè Asa te san repwòch pandan tout jou li yo.
2CH 15:18 Li te pote lakay SENYÈ a tout bagay dedye ki te pou papa li ak bagay dedye ki te pou li yo: ajan avèk lò avèk zouti.
2CH 15:19 Epi pa t gen lagè ankò jis rive nan trann-senk ane règn a Asa a.
2CH 16:1 Nan trann-sizyèm ane règn Asa a, Baasha, wa a Israël la, te vin monte kont Juda, e li te ranfòse Rama pou anpeche ni antre, ni sòti, vè Asa, wa Juda a.
2CH 16:2 Konsa, Asa te pote fè sòti ajan avèk lò soti nan trezò lakay SENYÈ a avèk lakay wa a, e li te voye yo kote Ben-Hadad, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di:
2CH 16:3 “Kite genyen yon alyans antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa m ak papa ou. Gade byen, mwen te voye ba ou ajan avèk lò. Ale, kraze alyans ou an avèk Baasha, wa Israël la, pou li retire li sou mwen.”
2CH 16:4 Konsa, Ben-Hadad te koute wa Asa. Li te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, e yo te frape Ijjon, Dan, Abel-Maïm, avèk tout vil depo Nephthali yo.
2CH 16:5 Lè Baasha te tande sa, li te sispann ranfòse Rama, e li te kite travay li.
2CH 16:6 Alò, Wa Asa te mennen tout Juda, yo te retire wòch Rama yo avèk gwo bwa ki t ap sèvi pou bati yo, e avèk yo, li te ranfòse Guéba avèk Mitspa.
2CH 16:7 Nan lè sa a, Hanani, konseye a te vin kote Asa, wa Juda a. Li te di li: “Akoz ou te depann de wa Syrie a e ou pa t depann de SENYÈ a, Bondye ou a, pou sa, lame wa Syrie a gen tan chape nan men ou.
2CH 16:8 Èske Etyopyen yo avèk Libyen yo pa t yon lame ki vast avèk anpil cha ak chevalye? Men akoz ou te depann de SENYÈ a, Li te livre yo nan men ou.
2CH 16:9 Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”
2CH 16:10 Alò, Asa te fache avèk konseye a, e li te mete li nan prizon, paske li te anraje avèk li pou bagay sa a. Epi nan menm lè a, Asa te oprime kèk moun nan pèp la.
2CH 16:11 Alò, zèv Asa yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, veye byen, yo ekri nan Liv A Wa a Juda avèk Israël yo.
2CH 16:12 Nan trant-nevyèm ane règn li a, Asa te vin malad nan pye li. Maladi a te grav, men menm nan maladi a, li pa t chache SENYÈ a, men pito doktè.
2CH 16:13 Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt li yo lè l fin mouri nan karanteyinyèm ane règn pa li a.
2CH 16:14 Yo te antere li nan pwòp tonm ke li te fouye pou li menm nan lavil David la, e yo te kouche li nan plas repo ke li te plen avèk plizyè kalite epis ki te mele selon metye a yon moun ki konn fè pafen; epi yo te fè yon trè gwo dife pou li.
2CH 17:1 Josaphat, fis li a te devni wa nan plas li, e li te fè pozisyon li sou Israël byen fèm.
2CH 17:2 Li te mete sòlda nan tout vil fòtifye Juda yo, e li te fè ganizon militè nan peyi Juda avèk nan vil Éphraïm ke papa li, Asa te kaptire yo.
2CH 17:3 SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo,
2CH 17:4 men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li pa t aji jan Israël te fè a.
2CH 17:5 Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè.
2CH 17:6 Li te fyè nan chemen SENYÈ a, e ankò li te rache wo plas yo avèk Asherim yo soti nan Juda.
2CH 17:7 Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée pou enstwi nan vil a Juda yo;
2CH 17:8 epi avèk yo Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram.
2CH 17:9 Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la.
2CH 17:10 Alò, lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat.
2CH 17:11 Kèk nan Filisten yo te pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit.
2CH 17:12 Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda.
2CH 17:13 Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo.
2CH 17:14 Men kontwòl selon lakay a papa zansèt yo: nan Juda, chèf a dè milye yo, Adna, chèf la avèk twa-san-mil mesye plen kouraj;
2CH 17:15 epi akote li, Jochanan, chèf la, avèk de-san-katre-ven-mil mesye plen kouraj;
2CH 17:16 epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj.
2CH 17:17 Pou Benjamin: Éliada, yon nonm plen kouraj, avèk de-san-mil mesye lame avèk banza ak boukliye defans,
2CH 17:18 epi akote li, Zozobad, avèk san-katreven-mil mesye pou fè lagè.
2CH 17:19 Se te sila ki te nan sèvis wa yo, yo pa menm konte sila ke wa a te pozisyone nan tout vil fòtifye pami tout Juda yo.
2CH 18:1 Alò Josaphat te gen gwo richès avèk lonè; epi li te fè alyans avèk Achab pa maryaj.
2CH 18:2 Kèk ane pita, li te desann kote Achab Samarie. Konsa, Achab te touye anpil mouton avèk bèf pou li avèk moun ki te avèk li yo, e li te konvenk li monte kont Ramoth-Galaad.
2CH 18:3 Achab, wa Israël la, te di a Josaphat, wa Juda a: “Èske ou va monte avèk mwen kont Ramoth-Galaad?” Konsa, li te di li: “Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, nou avèk ou nan batay la.”
2CH 18:4 Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè ankèt avan pou pawòl SENYÈ a.”
2CH 18:5 Epi wa Israël la te rasanble tout pwofèt yo, kat-san mesye. Li te di yo: “Èske nou dwe monte kont Ramoth-Galaad pou batay, oswa èske mwen dwe fè bak?” Epi yo te reponn: “Ale monte, paske Bondye va livre li nan men a wa a.”
2CH 18:6 Men Josaphat te di: “Èske pa gen toujou yon pwofèt SENYÈ a pou nou kab mande sa?”
2CH 18:7 Wa Israël la te di a Josaphat: “Gen youn toujou ke nou kab fè demann a SENYÈ a, men mwen rayi li, paske li pa janm pwofetize sa ki bon pou mwen, men toujou, mal. Li se Michée, fis Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a pale konsa.”
2CH 18:8 Konsa, wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Fè vit, mennen Michée, fis Jimla a.”
2CH 18:9 Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita yo chak sou twòn yo, abiye ak manto yo. Yo te chita kote glasi vannen an nan antre pòtay Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo.
2CH 18:10 Sédécias, fis a Kenaana a, te fè kòn an fè pou kont li. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Avèk sila yo, ou va frennen Siryen yo, jiskaske yo fin detwi nèt.’”
2CH 18:11 Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa. Yo t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e reyisi, paske SENYÈ a va livre li nan men a wa a.”
2CH 18:12 Konsa, mesaje ki te ale fè demand prezans Michée a te pale avèk li. Li te di: “Gade byen, pawòl a pwofèt yo favorab nèt pou wa a. Konsa, souple, kite pawòl ou fèt tankou pa yo a e pale anfavè li.”
2CH 18:13 Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke Bondye mwen an di, se sa mwen va pale.”
2CH 18:14 Lè li te rive kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe monte Ramoth-Galaad pou batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” Li te di: “Ale monte e reyisi, paske yo va livre nan men ou.”
2CH 18:15 Epi wa a te di li: “Konbyen fwa mwen oblije fè demann ke ou pa pale anyen sof ke laverite nan non SENYÈ a?”
2CH 18:16 Konsa, li te reponn: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo tankou mouton ki pa t gen bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”
2CH 18:17 Wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal?”
2CH 18:18 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a: Mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou twòn li an ak tout lame syèl la ki te kanpe adwat Li ak agoch Li.
2CH 18:19 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab, wa Israël la, pou monte tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sa, pandan yon lòt te di yon lòt bagay.
2CH 18:20 Alò, yon lespri te parèt e te kanpe devan SENYÈ a. Li te di: Mwen va sedwi li.’” “Epi SENYÈ a te di: ‘Kijan’?
2CH 18:21 “Li te reponn: ‘Mwen va ale fè l tankou yon lespri manti nan bouch a tout pwofèt li yo.’ “Epi Li te di: ‘Ou dwe sedwi li e genyen li tou. Ale fè sa.’
2CH 18:22 “Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri manti nan bouch a sila yo, pwofèt ou yo, paske SENYÈ a te pwoklame dega kont ou.”
2CH 18:23 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a, te pwoche. Li te frape Michée sou machwè l e te di: “Ki kote chemen Lespri SENYÈ a te fè kite mwen pou pale avè w?”
2CH 18:24 Michée te di: “Gade byen, nan jou ke ou antre nan chanm anndan pou kache kò ou la, ou va wè sa.”
2CH 18:25 Alò, wa Israël la te di: “Pran Michée e fè l retounen kote Amon, majistra vil la ak Joas, fis a wa a.
2CH 18:26 Di yo: ‘Konsa pale wa a: “Mete nonm sila a nan prizon a, e ba li tikras pen ak dlo jiskaske m retounen anpè.”’”
2CH 18:27 Michée te di: “Si, anverite, ou ta retounen anpè, SENYÈ a pa t vrèman pale avèk mwen.” Li te di: “Koute byen, tout pèp la!”
2CH 18:28 Konsa, wa Israël avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad.
2CH 18:29 Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen pou antre nan batay la, e ou menm, mete pwòp manto ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li, e yo te antre nan batay la.
2CH 18:30 Alò, wa Syrie a te kòmande chèf a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men avèk wa Israël la sèlman.”
2CH 18:31 Pou sa, lè chèf a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Li se wa Israël la,” e yo te vire akote pou goumen kont li. Men Josaphat te kriye anmwey, e SENYÈ a te fè l sekou. Bondye te angaje yo pou yo te kite l.
2CH 18:32 Lè chèf cha yo te wè ke se pa t wa Israël la, yo te retounen pa swiv li.
2CH 18:33 Yon sèten nonm te rale banza li pa aza, e te frape wa Israël la nan yon kwen nan pwotèj kò a. Konsa, li te pale a chofè cha a: “Vire tounen e fè m sòti nan batay la, paske mwen blese byen grav.”
2CH 18:34 Batay la te chofe byen rèd tout jounen an e wa Israël te fòse pou l te kab kanpe nan cha li a devan Siryen yo jis rive nan aswè; epi nan kouche solèy la, li te mouri.
2CH 19:1 Konsa, Josaphat, wa a te retounen sof a lakay li Jérusalem.
2CH 19:2 Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou?
2CH 19:3 Men gen kèk bagay ki bon nan ou tou, paske ou te retire Astarté a soti nan peyi ou a e ou te bay kè ou pou chache Bondye.”
2CH 19:4 Konsa, Josaphat te rete Jérusalem e li te sòti deyò ankò pami pèp la soti Beer-Schéba jis rive nan peyi ti mòn a Éphraïm yo. Epi konsa, li te mennen yo retounen a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
2CH 19:5 Li te chwazi jij nan peyi a nan tout vil fòtifye Juda yo, vil pa vil.
2CH 19:6 Li te pale a jij yo: “Kontwole sa ke n ap fè a, paske nou pa jije pou yon moun, men pou SENYÈ ki avèk nou an pandan n ap rann jijman an.
2CH 19:7 Pou sa, kite lakrent SENYÈ a rete sou nou. Fè anpil atansyon nan sa n ap fè a, paske SENYÈ a, Bondye nou an, p ap patisipe nan sa ki pa dwat, nan patipri, ni nan lajan ki pase anba tab.”
2CH 19:8 Nan Jérusalem osi, Josaphat te apwente kèk nan Levit yo avèk prèt yo ak kèk nan chèf lakay zansèt Israël yo, pou fè jijman SENYÈ a, e pou jije konfli pami moun ki te rete Jérusalem yo.
2CH 19:9 Li te pase lòd bay yo. Li te di: “Konsa nou va gen lakrent SENYÈ a, avèk fidelite e avèk tout kè.
2CH 19:10 Nenpòt lè yon konfli rive devan nou soti nan manm fanmi nou yo ki rete nan vil yo, antre san ak san, antre lalwa avèk kòmandman yo, règleman avèk òdonans yo, nou va avèti yo pou yo pa vin koupab devan SENYÈ a, e pou kòlè pa rive sou nou avèk fanmi nou.
2CH 19:11 Kontwole byen, Amaria, chèf prèt la, va chèf sou nou nan tout sa ki apatyen a SENYÈ a, e Zebadia, fis Ismaël la, chèf lakay Juda a, nan tout sa ki apatyen a wa a. Osi, Levit yo va aji kòm ofisye devan nou. Aji avèk kouraj, e SENYÈ a va avèk sila ki fè sa ki jis yo.”
2CH 20:1 Alò, li te vin rive apre sa ke fis Moab yo avèk fis Ammon yo, ansanm avèk kèk nan Maonit yo te vini pou fè lagè kont Josaphat.
2CH 20:2 Kèk moun te vin bay rapò a Josaphat e te di: “Yon gran foul ap pwoche kont ou soti lòtbò lanmè Syrie. Gade byen, yo rive Hatsatson-Thamar” (ki En-Guédi a).
2CH 20:3 Josaphat te byen pè. Li te vire atansyon li pou chache SENYÈ a, e te pwoklame yon jèn toupatou nan Juda.
2CH 20:4 Konsa, Juda te rasanble ansanm pou chache èd SENYÈ a. Yo te sòti menm nan tout vil a Juda yo pou chache SENYÈ a.
2CH 20:5 Konsa, Josaphat te kanpe nan asanble Juda a avèk Jérusalem, lakay SENYÈ a devan tribinal nèf la.
2CH 20:6 Li te di: “O SENYÈ, Bondye a zansèt pa nou yo, èske se pa Ou menm ki Bondye nan Syèl yo? Èske se pa Ou menm ki renye sou tout wayòm a nasyon yo? Pwisans avèk majeste, se nan men Ou, jiskaske nanpwen moun ki kab kanpe kont Ou.
2CH 20:7 Èske se pa Ou menm, O Bondye nou an, ki te chase tout sila ki te rete nan peyi sa a devan pèp Ou a, Israël pou bay li a desandan Abraham yo, zanmi Ou an, jis pou tout tan?
2CH 20:8 Yo te abite ladann, yo te bati sanktyè Ou a la pou non Ou, e yo te di:
2CH 20:9 ‘Si mechanste ta vini sou nou, nepe, oswa jijman, oswa epidemi, oswa gwo grangou, nou va kanpe devan kay sila a e devan Ou menm, (paske non pa Ou sou kay sa a) pou kriye a Ou menm nan twoub nou yo, ke Ou va tande pou delivre nou.’
2CH 20:10 Alò, gade, fis a Ammon yo avèk Moab avèk Mòn Séir, kilès ou te anpeche Israël pran lè yo te sòti nan peyi Égypte la. Konsa, yo te vire akote e yo pa t detwi yo.
2CH 20:11 Gade, koulye a, jan y ap rekonpanse nou lè yo vin parèt pou chase nou mete deyò soti nan posesyon ke Ou te bannou kòm eritaj la.
2CH 20:12 O Bondye nou, èske Ou p ap jije yo? Paske nou san pouvwa devan gran foul sila a k ap vini kont nou an. Ni nou pa konnen kisa pou nou fè, men zye nou ap gade sou Ou.”
2CH 20:13 Tout Juda te kanpe devan SENYÈ a avèk ti bebe yo, madanm yo ak zanfan yo.
2CH 20:14 Alò, nan mitan asanble a, Lespri SENYÈ a te vini sou Jachaziel, fis a Zacharie a, fis a Benaja a, fis a Jeïel la, fis a Matthania a, Levit la ak fis a Asaph yo.
2CH 20:15 Epi li te di: “Koute, tout Juda avèk pèp Jérusalem nan ak Wa Josaphat: konsa pale SENYÈ a a nou menm: ‘Pa pè, ni pa pèdi kouraj akoz gran foul sila a, paske batay la pa pou nou, men se pou Bondye li ye.
2CH 20:16 Demen, desann kont yo. Tande byen, yo va vin monte kote pant ti mòn Tsits la, e nou va jwenn yo nan dènye pwent vale a devan dezè Jeruel la.
2CH 20:17 Nou pa bezwen goumen nan batay sila a. Pran pozisyon nou e kanpe gade delivrans SENYÈ a anfavè nou, O Juda, avèk Jérusalem. Pa pè, ni pa pèdi kouraj. Demen sòti pou parèt devan yo, paske SENYÈ a avèk nou.’”
2CH 20:18 Josaphat te bese tèt li jis atè, e tout Juda avèk moun Jérusalem yo te tonbe atè devan SENYÈ a, pou adore Li.
2CH 20:19 Levit ki te nan fis a Keatit yo, e nan fis a Koreyit yo, te kanpe pou louwe SENYÈ a, Bondye Israël la, nan yon trè gwo vwa.
2CH 20:20 Yo te leve granmmaten, e yo te sòti deyò nan dezè Tekoa a. Pandan yo tap sòti, Josaphat te kanpe. Li te di: “Koute mwen, O Juda avèk moun Jérusalem yo, mete konfyans nou nan SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va etabli. Mete konfyans nou nan pwofèt Li yo, e nou va vin reyisi.”
2CH 20:21 Lè li te fin konsilte pèp la, li te chwazi sila ki te chante a SENYÈ yo avèk sila ki te fè louwanj nan vètman sen yo, pandan yo t ap sòti devan lame a. Yo t ap di: “Bay remèsiman a SENYÈ a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.”
2CH 20:22 Depi lè a, yo te kòmanse chante ak bay louwanj, SENYÈ a te mete anbiskad kont fis a Ammon yo, Moab avèk Mòn Séir, ki te vini kont Juda yo epi yo te vin boulvèse.
2CH 20:23 Paske fis Ammon yo avèk Moab yo te leve kont fis Mòn Séir yo pou te detwi yo nèt. Lè yo te fini avèk moun Mòn Séir yo, yo te asiste pou detwi youn lòt.
2CH 20:24 Lè Juda te rive nan wotè sou dezè a, yo te gade vè gwo foul la, epi vwala, te gen kadav ki te kouche atè a. Okenn pa t chape.
2CH 20:25 Lè Josaphat avèk pèp li a te vini pran piyaj la, yo te twouve anpil bagay pami yo; byen, vètman ak bagay valab ke yo te pran pou yo menm, plis pase yo ta kab pote. Yo te pran twa jou pou ranmase piyaj la, paske li te tèlman anpil.
2CH 20:26 Nan katriyèm jou a, yo te fè asanble nan vale Beraca a. La, yo te beni SENYÈ a. Akoz sa, yo te rele plas sa a: “Vale Beraca a” jis rive jodi a.
2CH 20:27 Tout mesye Juda avèk Jérusalem yo te retounen avèk Josaphat sou tèt la. Yo te retounen Jérusalem avèk kè kontan, paske SENYÈ a te fè yo rejwi sou lènmi yo.
2CH 20:28 Yo te vini Jérusalem avèk ap, gita yo ak twonpèt pou rive vè kay SENYÈ a.
2CH 20:29 Lakrent Bondye te sou tout wayòm a lòt peyi yo lè yo te tande ke SENYÈ a te goumen kont lènmi Israël yo.
2CH 20:30 Konsa, wayòm Josaphat a te gen lapè, paske Bondye li a te ba li repo tout kote.
2CH 20:31 Alò, Josaphat te renye sou Juda. Li te gen laj a trann-senk ane lè l te devni wa a e li te renye Jérusalem pandan venn-senkan. Non manman l se te Azuba, fi a Schilchi a.
2CH 20:32 Li te mache nan chemen papa li, Asa, e li pa t kite li. Li te toujou fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a.
2CH 20:33 Sepandan, wo plas yo pa t retire. Pèp la potko dirije kè yo vè Bondye a zansèt yo a.
2CH 20:34 Alò, tout lòt zèv a Josaphat yo, soti nan premye jis rive nan dènye a, gade byen, yo ekri nan rejis a Jéhu, fis a Hanani, ki enskri nan Liv Wa Israël Yo.
2CH 20:35 Apre sa, Josaphat, wa Juda a te fè alyans avèk Achazia, wa Israël la. Li te aji mal nan fè bagay sa a.
2CH 20:36 Konsa, li te alinye li avèk li pou fè bato yo rive Tarsis e yo te fè bato yo rive nan Etsjon-Guéber.
2CH 20:37 Epi Éliézer, fis a Dodava a nan Maréscha, te pwofetize kont Josaphat. Li te di: “Akoz ou te fè alyans avèk Achazia, SENYÈ a te detwi zèv ou yo.” Pou sa, bato yo te kraze, e yo pa t kab ale Tarsis.
2CH 21:1 Alò, Josaphat te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la; e Joram, fis li a, te vin wa nan plas li.
2CH 21:2 Joram te gen frè, fis a Josaphat yo: Azaria, Micaël, avèk Schephathia. Tout sila yo te fis a Josaphat, wa Israël la.
2CH 21:3 Papa yo te ba yo anpil kado an ajan, lò, avèk bagay presye, avèk vil fòtifye nan Juda, men li te bay wayòm nan a Joram akoz li te premye ne.
2CH 21:4 Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou.
2CH 21:5 Joram te gen trann-dezan lè l te devni wa e li te renye pandan uitan Jérusalem.
2CH 21:6 Li te mache nan chemen a wa Israël yo, menm jan avèk lakay Achab, (paske fi Achab la te madanm li) e li te fè mal nan zye a SENYÈ a.
2CH 21:7 Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan.
2CH 21:8 Pandan jou li yo, Édom te fè rebèl kont otorite Juda yo, e yo te etabli yon wayòm pou kont yo.
2CH 21:9 Konsa, Joram te travèse avèk chèf li yo ak tout cha li yo avèk li. Li te leve pandan nwit lan, e li te touye Edomit ki te antoure li yo, avèk chèf a cha yo.
2CH 21:10 Akoz sa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive Jodi a. Epi Libna te fè rebèl menm lè a kont otorite li, akoz li te bliye SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo.
2CH 21:11 Anplis, li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout.
2CH 21:12 Pou sa a, yon lèt te vin kote li soti nan men Élie, pwofèt la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a papa zansèt ou a, David: ‘Akoz ou pa t mache nan chemen a Josaphat, papa ou, ak nan chemen Asa, wa Juda a,
2CH 21:13 men ou te mache nan chemen wa Israël yo, e ou te fè Juda avèk pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, jan lakay Achab te jwe pwostitisyon an. Anplis, ou te touye frè ou yo, pwòp fanmi pa w, ki te pi bon pase ou.
2CH 21:14 Pou sa a, men gade, SENYÈ a va frape pèp ou a, fis ou yo, madanm ou yo ak tout byen ou yo avèk gwo malè.
2CH 21:15 Ou va vin soufri yon maladi ki rèd, yon maladi zantray ou, jiskaske zantray ou vin sòti akoz maladi a.’”
2CH 21:16 SENYÈ a te boulvèse lespri Filisten yo kont Joram, ansanm ak Arab yo ki te nan lizyè Etyopyen yo.
2CH 21:17 Yo te vini kont Juda pou te atake li, e yo te fè pote ale tout posesyon ke yo te jwenn lakay wa a, ansanm avèk fis li yo, ak madanm li yo, jiskaske pa t gen fis ki te rete pou li, sof Joachaz, pi piti nan fis li yo.
2CH 21:18 Konsa, apre tout bagay sa a, SENYÈ a te frape li nan zantray li avèk yon maladi ki pa t kab geri.
2CH 21:19 Alò, li te vin rive pandan tan ekoule a, nan fen dezan, ke zantray li te sòti akoz maladi li a, e li te mouri avèk gwo doulè. Epi pèp li a pa t fè dife pou li tankou dife yo te fè pou papa zansèt li yo.
2CH 21:20 Li te gen trann-dezan lè l te vin wa e li te renye Jérusalem pandan uitan. Lè l te mouri li te san regrè a pèsòn. Yo te antere li lavil David, men pa nan tonm a wa yo.
2CH 22:1 Pèp Jérusalem la te fè Achazia, pi piti fis li a, wa nan plas li, akoz bann mesye ki te vini ak Arab yo nan kan an te touye tout pi gran yo. Konsa Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a te kòmanse renye.
2CH 22:2 Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa a e li te renye ennan Jérusalem. Non manman l te Athalie, fi a Omri.
2CH 22:3 Li menm tou te mache nan chemen lakay Achab yo, paske manman li te konseye li pou fè mal.
2CH 22:4 Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou Achab, paske yo te konseye li apre lanmò papa l, jiskaske sa te fin detwi li.
2CH 22:5 Li te osi mache selon konsèy pa yo, e te ale avèk Joram, fis a Achab la, wa Israël la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad. Men Siryen yo te blese Joram.
2CH 22:6 Pou sa, li te retounen pou geri nan Jizreel akoz blese ke yo te ba li nan Rama yo, lè li te fin goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann pou wè Joram, fis a Achab la Jizreel, akoz li te malad.
2CH 22:7 Alò, destriksyon Achazia te sòti nan Bondye akoz li te ale kote Joram. Paske lè l te desann, li te sòti avèk Joram kont Jéhu, fis a Nimschi a, ke SENYÈ a te chwazi pou detwi lakay Achab.
2CH 22:8 Li te vin rive ke lè Jéhu t ap egzekite jijman sou lakay Achab la, li te twouve chèf a Juda yo avèk fis a frè Achazia ki t ap sèvi Achazia yo, e li te touye yo.
2CH 22:9 Anplis, li te chache Achazia, epi yo te kenbe li pandan li te kache Samarie a. Yo te mennen li kote Jéhu, yo te mete li a lanmò, e te antere li. Paske yo te di: “Li se fis a Josaphat, ki te chache SENYÈ a ak tout kè li a.” Konsa, pa t gen moun lakay Achazia pou te kenbe pouvwa wayòm nan.
2CH 22:10 Alò lè Athalie, manman Achazia a, te wè ke fis li a te mouri, li te leve e te detwi tout pitit wa lakay Juda yo.
2CH 22:11 Men Joschabeath, fi a wa a te pran fis a Achazia a e te rache li soti nan mitan fis a wa a ke yo t ap touye yo, e li te plase li avèk nouris li nan chanm dòmi an. Konsa, Joschabeath, fi a Wa Joram nan, madanm a Jehojada, prèt la (paske li te sè Achazia), te kache li pou Athalie pa t kab mete l a lanmò.
2CH 22:12 Li te kache yo lakay SENYÈ a pandan sizan pandan Athalie t ap renye sou peyi a.
2CH 23:1 Alò, nan setyèm ane, Jehojada te ranfòse tèt li, e te pran chèf a dè santèn yo: Azaria, fis a Obed la, Maaséja, fis a Adaja a ak Élischaphath, fis a Zicri a. Yo te antre nan yon akò avèk li.
2CH 23:2 Yo te ale toupatou nan Juda pou te rasanble Levit soti nan tout vil Juda yo ak chèf lakay zansèt Israël yo, e yo te vini Jérusalem.
2CH 23:3 Konsa, tout asanble a te fè yon akò avèk wa a nan kay Bondye a. Epi Jehojada te di yo: “Gade byen, fis a wa a oblije renye, jan SENYÈ a te pale pa fis a David yo.
2CH 23:4 Sa se bagay ke nou oblije fè: yon tyè nan nou, nan prèt avèk Levit ki antre nan Saba yo, va sèvi kòm gadyen pòtay;
2CH 23:5 yon tyè va kote lakay wa a, e yon tyè kote Pòtay Fondasyon an. Tout pèp la va nan lakou lakay SENYÈ a.
2CH 23:6 Men pa kite pèsòn antre lakay SENYÈ a, sof ke prèt avèk Levit k ap fè sèvis yo. Yo kab antre, paske yo sen, men tout pèp la va kenbe règleman a SENYÈ a.
2CH 23:7 Levit yo va antoure wa a, chak mesye avèk zam yo nan men yo. Nenpòt moun ki antre nan kay la, fòk li mouri. Rete avèk wa a lè l antre ak lè l sòti.”
2CH 23:8 Konsa, Levit yo avèk tout Juda te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande yo a. Yo chak te pran mesye pa yo ki te gen pou antre anndan nan Saba a, avèk sila ki t ap sòti nan Saba yo, paske Jehojada, prèt la, pa t lage okenn nan divizyon sòlda yo.
2CH 23:9 Jehojada, prèt la, te bay a chèf dè santèn yo lans avèk gwo boukliye defans, ki te konn pou Wa David, ki te lakay Bondye a.
2CH 23:10 Li te estasyone tout pèp la, chak mesye yo avèk zam yo nan men yo, sòti nan kote dwat kay la jis rive nan kote goch kay la, toupre lotèl la, toupre kay la, antoure wa a nèt.
2CH 23:11 Epi yo te mennen fè parèt fis a wa a, yo te mete kouwòn nan sou li. Konsa, yo te ba li temwayaj pou te fè l wa. Jehojada avèk fis li yo te onksyone li, e yo te di ansanm: “Viv wa a!”
2CH 23:12 Lè Athalie te tande bwi a pèp la ki t ap kouri ak bay lwanj a wa a, li te antre lakay SENYÈ a kote pèp la.
2CH 23:13 Li te gade e vwala, wa a te kanpe akote pilye li nan antre a, e chèf yo avèk mesye twonpèt yo te akote wa a. Epi tout pèp peyi a te rejwi. Yo te soufle twonpèt yo e chantè avèk enstriman yo pou dirije lwanj lan. Athalie te chire rad li, e te di: “Trayizon! Trayizon!”
2CH 23:14 Jehojada, prèt la te mennen fè sòti chèf a dè santèn ki te chwazi sou lame yo. Li te di yo: “Mennen li deyò antre ranje yo, epi nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mouri lakay SENYÈ a.”
2CH 23:15 Konsa, yo te sezi li e lè li te rive kote antre Pòtay Cheval la, lakay wa a, yo te mete li a lanmò la.
2CH 23:16 Epi Jehojada te fè yon akò antre li menm avèk tout pèp la, e avèk wa a, pou yo ta pèp a SENYÈ a.
2CH 23:17 Konsa, tout pèp la te ale kote kay Baal la. Yo te chire, kraze an mòso lotèl li yo, avèk imaj li yo, e yo te touye Matthan, prèt Baal la devan lotèl yo.
2CH 23:18 Anplis, Jehojada te mete ofisye lakay SENYÈ yo anba otorite prèt Levit yo, ke David te apwente sou lakay SENYÈ a, pou ofri ofrann brile a SENYÈ, jan sa ekri nan lalwa Moïse la—-avèk anpil rejwisans ak chante selon lòd a David la.
2CH 23:19 Li te estasyone gadyen pòtay yo lakay SENYÈ a, pou pèsòn pa t kab antre, si pou nenpòt rezon li pa t pwòp.
2CH 23:20 Li te pran chèf a dè santèn yo, moun enpòtan yo, moun ki te gouvène pèp la, tout pèp peyi a, e yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a pou te antre pa wo pòtay la pou antre lakay wa a. Konsa, yo te mete wa a sou twòn wayal la.
2CH 23:21 Tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò avèk nepe.
2CH 24:1 Joas te gen laj setan lè l te devni wa, e li te renye pandan karantan Jérusalem, Non manman li te Tsibja soti nan Beer-Schéba.
2CH 24:2 Joas te fè sa ki te bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou a Jehojada yo, prèt la.
2CH 24:3 Jehojada te pran de madanm pou li, e li te vin papa a fis ak fi.
2CH 24:4 Li te vin rive apre sa ke Joas te pran desizyon pou restore lakay SENYÈ a.
2CH 24:5 Li te rasanble prèt yo avèk Levit yo, e li te di yo: “Ale antre nan tout vil Juda yo e rekeyi lajan pami tout Israël pou repare lakay SENYÈ nou an chak ane. Epi fè sa byen vit.” Men Levit yo pa t aji avèk vitès.
2CH 24:6 Akoz sa, wa a te rele Jehojada, chèf prèt la. Li te mande li: “Poukisa nou pa t egzije Levit yo pou pote soti Juda avèk Jérusalem taks etabli pa Moïse la, sèvitè SENYÈ a sou asanble Israël la pou tant temwayaj la?”
2CH 24:7 Paske fis a Athalie yo, ki te tèlman mechan, te antre kase lakay Bondye a. Anplis yo te sèvi ak bagay sen nan kay yo pou sèvi Baal.
2CH 24:8 Konsa, wa a te pase lòd e yo te fè yon bwat kès pou te mete li deyò akote pòtay lakay SENYÈ a.
2CH 24:9 Yo te fè yon pwoklamasyon nan Juda avèk Jérusalem pou pote bay SENYÈ a, taks Moïse la, sèvitè Bondye a, ki te etabli nan dezè a pou Israël la.
2CH 24:10 Tout ofisye yo avèk tout pèp la te rejwi. Yo te pote taks pa yo e yo te depoze yo nan kès la jiskaske yo te ranpli l.
2CH 24:11 Li te vin rive ke nenpòt lè Levit yo te pote kès la anndan kote ofisye wa a yo, e lè yo te wè ke te gen anpil lajan, ke grefye a wa a avèk ofisye a chèf prèt la te vin vide kès la, pran l e remete li nan plas li. Konsa, yo te fè chak jou, e yo te rekeyi anpil lajan.
2CH 24:12 Wa a avèk Jehojada te bay li a sila ki te fè travay nan sèvis lakay SENYÈ a. Yo te anplwaye mason avèk chapant pou restore lakay SENYÈ a, ak ouvriye, fè, avèk bwonz pou repare lakay SENYÈ a.
2CH 24:13 Konsa, ouvriye yo te travay, epi èv reparasyon an te avanse nan men yo. Yo te restore lakay Bondye a selon plan li, e yo te ranfòse li.
2CH 24:14 Lè yo te fini, yo te mennen rès lajan an devan wa a avèk Jehojada. Li te fonn pou fè zouti pou lakay SENYÈ a, zouti pou sèvis la ak ofrann brile a, avèk po ak zouti an lò avèk ajan. Epi yo te ofri ofrann brile yo lakay SENYÈ a san rete pandan tout jou a Jehojada yo.
2CH 24:15 Alò, lè Jehojada te rive a yon gwo laj byen mi, li te vin mouri. Li te gen san-trantan lè l te mouri.
2CH 24:16 Yo te antere li lavil David pami wa yo akoz li te fè byen an Israël ni pou Bondye, ni pou lakay Li a.
2CH 24:17 Men apre lanmò Jehojada, ofisye Juda yo te vini bese ba devan wa a, e wa a te koute yo.
2CH 24:18 Yo te abandone lakay SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a pou te sèvi Asherim yo avèk zidòl yo. Konsa, lakòlè SENYÈ a te desann sou Juda avèk Jérusalem akoz koupabilite sa a.
2CH 24:19 Malgre sa, Li te voye pwofèt yo kote yo pou mennen yo retounen a SENYÈ a. Sepandan, yo te fè temwayaj kont yo, e te refize koute yo.
2CH 24:20 Alò Lespri Bondye a te vini sou Zacharie, fis a Jehojada a, prèt la. Li te kanpe anwo pèp la, e te pale yo: “Konsa Bondye te di: ‘Poukisa nou vyole kòmandman a SENYÈ a, e akoz sa nou pa reyisi? Akoz nou te abandone SENYÈ a, Li menm osi te abandone nou.’”
2CH 24:21 Pou sa, yo te fè konplo kont li. Sou kòmand a wa a, yo te lapide li jiska lanmò nan lakou lakay SENYÈ a.
2CH 24:22 Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!”
2CH 24:23 Alò, li te vin rive nan fen ane ke lame Siryen yo te monte kont li. Yo te vini Juda avèk Jérusalem, e te detwi tout ofisye a pèp la ki te pami pèp la, epi yo te voye tout piyaj la kote wa a Damas la.
2CH 24:24 Anverite, lame Siryen an te vini avèk yon ti kantite moun, men SENYÈ a te livre yon trè gwo lame nan men yo, paske yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a. Se konsa yo te egzekite jijman sou Joas.
2CH 24:25 Lè yo te kite Joas, (akoz yo te kite li byen blese), pwòp sèvitè li yo te fè konplo kont li akoz san fis Jehojada a, prèt la, e yo te asasine li sou kabann li an. Konsa, li te mouri e yo te antere li lavil David la, men yo pa t antere li nan tonm a wa yo.
2CH 24:26 Alò, sa yo se sila ki te fè konplo kont li yo: Zabad, fis a Schimeath la, Amonit lan, ak Jozabad, fis a Schimrith la, Moabit la.
2CH 24:27 Konsènan fis li yo, tout pawòl madichon kont li yo ak rekonstriksyon lakay Bondye a, gade byen, yo ekri nan istwa Liv A Wa Yo. Epi Amatsia, fis li a, te vin wa nan plas li.
2CH 25:1 Amatsia te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa, e li te renye vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Joaddan de Jérusalem.
2CH 25:2 Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, sepandan, pa avèk tout kè l.
2CH 25:3 Alò, li te vin rive depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye papa li, wa a.
2CH 25:4 Sepandan, li pa t touye pitit yo, men li te swiv sa ki ekri nan lalwa nan liv Moïse la, ke SENYÈ a te kòmande, ki te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”
2CH 25:5 Anplis, Amatsia te rasanble Juda, e li te òganize yo selon lakay papa yo anba chèf a dè milye e chèf a dè santèn toupatou nan Juda avèk Benjamin. Li te pran yon kontwòl global a sila soti nan ventan oswa plis yo, e li te twouve yo a twa-san-mil mesye, byen chwazi pou fè lagè ak manyen lans ak pwotèj.
2CH 25:6 Li te anplwaye osi san-mil gèrye plen kouraj ki sòti an Israël pou san talan ajan.
2CH 25:7 Men yon nonm Bondye te rive kote li e te di: “O Wa, pa kite lame Israël la ale avèk ou, paske SENYÈ a pa avèk Israël, ni avèk okenn nan fis Éphraïm yo.
2CH 25:8 Men si ou ale, aji avèk fòs pou batay la. Bondye va rale ou desann devan lènmi yo, paske Bondye gen pouvwa pou ede e pou desann.”
2CH 25:9 Amatsia te di a nonm Bondye a: “Men kisa n ap fè pou afè san talan ke m te bay a sòlda Israël yo?” Nonm Bondye a te di: “Senyè a gen bokou plis pou bay pase sa.”
2CH 25:10 Konsa, Amatsia te voye yo ale, sòlda ki te rive kote li soti Éphraïm yo, pou rive lakay yo. Akoz sa a, kòlè yo te brile kont Juda e yo te retounen lakay ak gwo kòlè.
2CH 25:11 Alò, Amatsia te ranfòse tèt li; li te mennen pèp li a sòti pou ale nan Vale Sèl la, e te frape di-mil nan fis a Séir yo.
2CH 25:12 Fis a Juda yo, anplis, te kaptire di-mil tou vivan. Yo te mennen yo anwo pwent falèz la, e te jete yo anba soti anwo falèz la, jiskaske yo tout te kraze chire an mòso.
2CH 25:13 Men sòlda ke Amatsia te voye retounen pou yo pa ale nan batay la avèk li yo, te atake vil a Juda yo, soti Samarie jis rive Beth-Horon. Yo te frape twa-mil nan yo, e te piyaje anpil byen yo.
2CH 25:14 Alò, lè Amatsia te sòti nan masak Edomit yo, li te pote dye a fis a Séir yo. Li te pozisyone yo tankou dye pa li, pou l bese ba devan yo e te brile lansan a yo menm.
2CH 25:15 Lakòlè Bondye te brile kont Amatsia, e Li te voye pwofèt Li ki te di l: “Poukisa ou te swiv dye a pèp sa a, ki pa t kab delivre pwòp pèp pa yo nan men ou?”
2CH 25:16 Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?” Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”
2CH 25:17 Alò, Amatsia, wa Juda a te pran konsèy moun pa l. Li te voye kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa Israël la. Li te di l: “Vini, annou parèt fasafas.”
2CH 25:18 Joas, wa Israël la te voye kote Amatsia, wa Juda a. Li te di: “Bwa pikan ki te Liban an te voye kote bwa sèd ki te Liban an, e te di: ‘Bay fi ou a fis mwen nan maryaj.’ Men yon bèt sovaj nan Liban te pase akote e te foule bwa pikan an.
2CH 25:19 Ou di nan tèt ou: ‘Gade byen, mwen te bat Édom.’ Konsa kè ou vin plen ak ògèy e anfle. Alò, rete lakay ou! Poukisa ou ta pwovoke twoub pou tèt ou, jiskaske ou menm, ou ta tonbe e Juda avèk ou?”
2CH 25:20 Men Amatsia pa t ap koute, paske sa te soti nan Bondye, ki ta livre yo nan men lèdmi yo, akoz yo te chache dye Édom yo.
2CH 25:21 Konsa Joas, wa Israël la te monte, e li menm avèk Amatsia, wa Juda a te fè fasafas nan Beth-Schémesch, ki te pou Juda a.
2CH 25:22 Juda te bat pa Israël, e yo chak te kouri nan pwòp tant yo.
2CH 25:23 Alò Joas, wa Israël la te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Joachaz la, nan Beth-Schémesch. Li te mennen li Jérusalem, e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Éphraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, kat-san koude nan longè.
2CH 25:24 Li te pran tout lò avèk ajan ak tout zouti ki te twouve lakay Bondye a avèk Obed-Édom ak trezò lakay wa a, ansanm avèk prizonye yo, e te retounen Samarie.
2CH 25:25 Epi Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la.
2CH 25:26 Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade, èske yo pa ekri nan Liv A Wa Juda Avèk Israël yo?
2CH 25:27 Depi lè ke Amatsia te vire kite SENYÈ a, yo te fè konplo kont li Jérusalem, e li te sove ale Lakis, men yo te voye dèyè li Lakis e te touye li la.
2CH 25:28 Konsa, yo te mennen li sou cheval e te antere li avèk zansèt li yo lavil Juda.
2CH 26:1 Tout pèp Juda a te pran Ozias, ki te genyen laj a sèzan e te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia.
2CH 26:2 Li te bati Élath e te restore li pou Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo.
2CH 26:3 Ozias te gen sèzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman li te Jecolia, de Jérusalem.
2CH 26:4 Li te fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a selon tout sa ke papa li, Amatsia te konn fè.
2CH 26:5 Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.
2CH 26:6 Alò, li te sòti pou fè lagè kont Filisten yo. Li te kraze miray a Gath la, miray a Jabné a, miray a Asdod la, e li te bati vil nan anviwon Asdod pami Filisten yo.
2CH 26:7 Bondye te ede li kont Filisten yo, e kont Arab ki te rete Gur-Baal yo, avèk Maonit yo.
2CH 26:8 Anplis, Amonit yo te peye taks obligatwa a Ozias, e rekonesans li te rive jis nan lizyè Égypte. Li te vin pwisan anpil.
2CH 26:9 Anplis, Ozias te bati fò Jérusalem yo nan Pòtay Kwen an, nan Pòtay Vale a ak nan kwen pilye a pou ranfòse yo toujou.
2CH 26:10 Li te bati fò nan dezè yo, e li te fouye anpil sitèn, paske li te gen anpil bèt, ni nan ba plèn nan, ni nan gran plèn nan. Anplis, li te genyen labourè chan yo avèk moun pou pran swen chan rezen nan peyi ti kolin yo ak nan chan bon tè yo, paske li te renmen latè anpil.
2CH 26:11 Anplis, Ozias te gen yon lame parèt pou batay, ki te antre nan konba a pa divizyon yo selon nimewo pa yo, prepare pa Jeïel, sekretè a, avèk Maaséja, ofisye a, anba direksyon a Hanania, youn nan ofisye wa yo.
2CH 26:12 Nonb total a chèf lakay yo, a gèrye plen kouraj yo te de-mil-sis-san.
2CH 26:13 Anba direksyon pa yo, te gen yon lame elit de twa-san-sèt-mil-senk-san ki te kapab fè lagè avèk gwo pouvwa, pou bay wa a soutyen kont lènmi an.
2CH 26:14 Anplis, Ozias te prepare pou tout lame a boukliye defans yo, lans yo, kas yo, abiman defans kò yo, banza yo ak wòch fistibal yo.
2CH 26:15 Nan Jérusalem, li te fè gwo machin lagè envante pa moun gwo kapasite pou plase sou fò yo pou tire flèch avèk gwo wòch. Pou tout sa, rekonesans li te gaye byen lwen, paske li te resevwa gwo èd jiskaske li te vin byen pwisan.
2CH 26:16 Men lè l te vin fò, kè li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an.
2CH 26:17 Konsa, Azaria, prèt la, te antre dèyè li avèk katreven prèt SENYÈ a, mesye ki te plen kouraj.
2CH 26:18 Yo te konfwonte Ozias, wa a. Yo te di li: “Se pa ou menm, Ozias, ki pou brile lansan a SENYÈ a, men se prèt yo, fis a Aaron ki konsakre pou brile lansan. Sòti nan sanktyè a, paske ou gen tò, e ou p ap twouve lonè devan SENYÈ a, Bondye a.”
2CH 26:19 Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an.
2CH 26:20 Azaria, chèf prèt la avèk tout lòt prèt yo te gade li, e vwala, li te gen lalèp sou fon li. Konsa, yo te fè l sòti la byen vit, e li menm tou te fè vit pou sòti akoz SENYÈ a te frape li.
2CH 26:21 Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a.
2CH 26:22 Alò, tout rès a zèv Ozias yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, pwofèt Ésaïe, fis a Amots la, te ekri yo.
2CH 26:23 Konsa, Ozias te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li avèk papa zansèt li yo nan chan akote tonm ki te pou wa yo, paske yo te di: “Li gen lalèp”. Epi Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.
2CH 27:1 Jotham te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye sèzan Jérusalem. Non manman li te Jeruscha, fis a Tsadok la.
2CH 27:2 Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi.
2CH 27:3 Li te bati pòtay pi wo lakay SENYÈ a, e li te bati anpil menm sou miray Ophel la.
2CH 27:4 Anplis, li te bati vil nan peyi kolin a Juda yo, e li te bati fò avèk fòterès sou ti kolin ki te bwaze yo.
2CH 27:5 Li te goumen osi avèk wa Amonit yo, e li te genyen yo jiskaske Amonit yo te ba li nan menm ane sa a, san talan an ajan, di-mil barik ble ak di-mil barik lòj. Amonit yo te peye li menm fòs sa a nan dezyèm ak twazyèm ane a.
2CH 27:6 Konsa, Jotham te vin trè pwisan akoz li te fè afè li an lòd devan SENYÈ a, Bondye li a.
2CH 27:7 Alò, tout lòt zèv a Jotham yo, menm tout gè li yo avèk zèv li yo, gade byen, yo ekri nan Liv A Wa Israël Avèk Juda Yo.
2CH 27:8 Li te gen venn-senkan lè l te vin wa e li te renye sèzan Jérusalem.
2CH 27:9 Konsa, Jotham te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li lavil David. Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
2CH 28:1 Achaz te gen laj a ventan lè l te devni wa e li te renye sèzan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, jan David, papa zansèt li a, te konn fè a,
2CH 28:2 men li te mache nan chemen a wa Israël yo. Anplis, li te fè imaj fonn pou Baal yo.
2CH 28:3 Li te brile lansan nan vale Ben-Hinnon e li te brile fis li yo nan dife, selon abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.
2CH 28:4 Li te fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo, sou ti mòn yo e anba chak bwa vèt.
2CH 28:5 Pou sa, SENYÈ a, Bondye li a, te livre li nan men a wa Syrie. Konsa, yo te bat li e te pote ale de li yon gran kantite kaptif pou te fè yo rive Damas. Li te anplis livre nan men a wa Israël la ki te aflije li avèk anpil moun mouri.
2CH 28:6 Paske Pékach, fis Remalia a, te touye nan Juda, pandan yon sèl jou, san-ven-mil òm, tout mesye ki plen kouraj yo, akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo.
2CH 28:7 Epi Zicri yon nonm pwisan nan Éphraïm, te touye Maaséja, fis a wa a avèk Azrikam, chèf a kay wayal la, e Elkana, dezyèm apre wa a.
2CH 28:8 Fis Israël yo te pote ale an kaptivite pami frè yo de-san-mil fanm Judah, fis ak fi. Anplis yo te pran anpil piyaj ki sòti nan yo, e te mennen piyaj la Samarie.
2CH 28:9 Men yon pwofèt SENYÈ a ki te rele Oded te la. Li te sòti deyò pou rankontre lame ki te vini Samarie a e li te di yo: “Gade byen, paske SENYÈ a zansèt ou yo te fache avèk Juda, Li te livre yo nan men nou, e nou te touye yo ak gwo laraj ki te rive jis nan syèl la.
2CH 28:10 Alò, nou ap pwopoze pou fè pou kont nou, pèp a Juda avèk Jérusalem yo vin soumèt kòm esklav mal ak femèl. Anverite, èske nou menm pa gen transgresyon pou kont nou kont SENYÈ a, Bondye nou an?
2CH 28:11 Alò, pou sa, koute mwen e remèt kaptif ke nou te fè prizonye pami frè nou yo, paske kòlè SENYÈ a byen cho kont nou.”
2CH 28:12 Alò, kèk nan chèf a fis Éphraïm yo——Azaria, fis a Jochanan an, Bérékia, fis a Meschillémoth la, Ézéchias, fis a Schallum nan e Amasa, fis a Hadlaï a——te leve kont sila ki t ap retounen soti nan batay la.
2CH 28:13 Yo te di yo: “Fòk nou pa mennen kaptif yo anndan isit la, paske nou ap tante mennen sou nou koupabilite kont SENYÈ a, ki va ogmante peche nou avèk koupabilite nou. Paske koupabilite nou vin tèlman gran ke kòlè Li vin kont Israël.”
2CH 28:14 Pou sa, mesye ki t ap pote zam yo te kite kaptif yo avèk piyaj la devan ofisye yo avèk tout asanble a.
2CH 28:15 Epi mesye ki te chwazi pa non yo te leve, pran kaptif yo, yo te mete rad ki sòti nan piyaj la sou sila ki te toutouni yo. Yo te bay yo rad avèk sandal, yo te bay yo manje e te bay yo bwè, e yo te onksyone yo avèk lwil. Yo te mennen tout sila ki te fèb yo sou bourik e te fè yo rive Jéricho, vil palmis yo, kote frè yo. Konsa, yo te retounen Samarie.
2CH 28:16 Nan lè sa a, Wa Achaz te voye kote wa Asiryen yo pou jwenn soutyen.
2CH 28:17 Paske ankò, Edomit yo te vin atake Juda e te mennen yo sòti kaptif.
2CH 28:18 Filisten yo osi te atake vil nan ba plèn yo avèk Negev nan Juda e te pran Beth-Schémesch, Ajalon, Guedéroth, Soco avèk vil pa li yo, Thimna avèk vil pa li yo e Guimzo avèk vil pa li yo, epi yo te vin abite la.
2CH 28:19 Paske SENYÈ a te imilye Juda akoz Achaz, wa Israël la. Paske li te fè rive yon mank de lòd nan Juda e te manke fidèl anpil a SENYÈ a.
2CH 28:20 Pou sa, Tilgath-Piléser, wa Assyrie a te vini kont li, e te aflije li olye de ranfòse li.
2CH 28:21 Sepandan, Achaz te pran yon pòsyon sòti nan kay SENYÈ a e sòti nan palè wa a ak chèf yo pou te bay li a wa Assyrie a, men sa pa t ede li.
2CH 28:22 Alò, nan tan gwo pwoblèm pa li, menm Wa Achaz sila a te vin peche plis devan SENYÈ a.
2CH 28:23 Paske li te fè sakrifis a lòt dye Damas yo ki te bat li yo. Li te di: “Akoz dye a wa Syrie yo te ede yo, mwen va fè sakrifis de yo pou yo kab ede mwen.” Men yo te koze chit li avèk tout Israël.
2CH 28:24 Anplis, lè Achaz te ranmase ansanm tout zouti lakay Bondye yo, li te koupe tout zouti yo an mòso. Li te fèmen pòt lakay SENYÈ a, e te fè lotèl pou li nan chak kwen nan Jérusalem.
2CH 28:25 Nan chak vil nan Juda, li te fè wo plas pou brile lansan a lòt dye yo, e li te pwovoke SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, a lakòlè.
2CH 28:26 Alò, tout lòt zèv avèk chemen li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade byen, yo ekri nan Liv A Wa A Juda yo Avèk Israël yo.
2CH 28:27 Konsa, Achaz te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan vil Jérusalem nan; paske yo pa t mennen li antre nan tonm a wa Israël yo. Epi Ézéchias, fis li a, te renye nan plas li.
2CH 29:1 Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a.
2CH 29:2 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè.
2CH 29:3 Nan premye ane règn li a, nan premye mwa a, li te ouvri pòt lakay SENYÈ a e te repare yo.
2CH 29:4 Li te mennen prèt yo avèk Levit yo, e te rasanble yo nan plas sou lès la.
2CH 29:5 Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O Levit yo. Konsakre nou menm koulye a, konsakre lakay SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, e pote sa ki pa pwòp deyò pou l vin yon lye sen.
2CH 29:6 Paske papa nou yo pa t fidèl. Yo te fè mal nan zye a SENYÈ Bondye nou an. Yo te abandone Li, e yo te vire fas yo lwen plas kote SENYÈ a rete a. Yo te vire do yo.
2CH 29:7 Anplis, yo te fèmen pòt sou galeri yo, etenn lanp yo, e yo pa t brile lansan ni ofri ofrann brile nan lye sen Bondye Israël la.
2CH 29:8 Pou sa, kòlè SENYÈ a te kont Juda avèk Jérusalem, e Li te fè yo vin yon objè gwo etonman abominab avèk laperèz ak siflèt ki fèt sou yo, jan nou wè avèk pwòp zye nou an.
2CH 29:9 Paske gade byen, pou sa, papa zansèt nou yo fin tonbe anba nepe, e fis yo avèk fi yo avèk madanm nou yo vin nan esklavaj akoz sa.
2CH 29:10 Alò, sa nan kè m pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou.
2CH 29:11 Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.”
2CH 29:12 Konsa, Levit yo te leve: Machath, fis a Amasaï a, Joël, fis a Azaria a, soti nan fis a Keatit yo; epi soti nan fis a Merari yo, Kis, fis a Abdi a, Azaria, fis a Jehalléleel la; epi soti nan Gèshonit yo, Joach, fis a Zimma a, Éden, fis a Joach la;
2CH 29:13 epi soti nan fis a Élitsaphan yo, Schimri avèk Jeïel, fis a Asapah yo, Zacharie avèk Matthania;
2CH 29:14 epi soti nan fis a Héman yo, Jehiel avèk Schimeï; epi soti nan fis a Jeduthun yo, Schemaeja avèk Uzziel.
2CH 29:15 Yo te rasanble frè yo, yo te konsakre yo menm, e te antre pou netwaye lakay SENYÈ a, selon kòmandman a wa a, selon pawòl SENYÈ a.
2CH 29:16 Pou sa, prèt yo te antre nan pati enteryè lakay SENYÈ a pou netwaye li, epi chak bagay yo te twouve ki pa t pwòp nan tanp SENYÈ a, yo te mete li deyò nan lakou lakay SENYÈ a. Depi la, Levit yo te resevwa l pou pote l rive nan Vale Cédron an.
2CH 29:17 Alò, yo te kòmanse fè konsekrasyon an, epi nan premye jou, nan premye mwa a, e nan uityèm jou nan mwa a, yo te rive sou galeri SENYÈ a. Konsa, yo te konsakre lakay SENYÈ a nan ui jou e yo te fini sou sèzyèm jou nan premye mwa a.
2CH 29:18 Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo.
2CH 29:19 Anplis, tout zouti ke Wa Achaz te abandone pandan règn enfidèl li a, nou te fin prepare e konsakre yo. Epi vwala, yo la devan lotèl SENYÈ a.”
2CH 29:20 Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a.
2CH 29:21 Yo te mennen sèt towo, sèt belye, sèt jèn mouton ak sèt mal kabrit kòm ofrann peche pou wayòm nan, pou sanktyè a ak pou Juda. Epi li te kòmande prèt yo, fis a Aaron yo, pou ofri yo sou lotèl SENYÈ a.
2CH 29:22 Konsa, yo te touye towo yo. Prèt yo te pran san an e te aspèje li sou lotèl la. Anplis, yo te touye belye yo, e te aspèje san an sou lotèl la. Yo te touye, osi, jèn mouton yo e te aspèje san an sou lotèl la.
2CH 29:23 Alò, yo te mennen mal kabrit yo pou ofrann peche devan wa a avèk asanble a, e yo te poze men sou yo.
2CH 29:24 Prèt yo te touye yo, e te lave lotèl la avèk san yo pou fè ekspiyasyon pou tout Israël, paske wa a te kòmande ofrann brile avèk ofrann peche pou tout Israël.
2CH 29:25 Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk enstriman kòd yo, selon kòmand David la avèk Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo.
2CH 29:26 Levit yo te kanpe avèk enstriman mizik a David yo, prèt yo avèk twonpèt yo.
2CH 29:27 Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la.
2CH 29:28 Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.
2CH 29:29 Alò, nan fen tout ofrann brile yo, wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon.
2CH 29:30 Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.
2CH 29:31 Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile.
2CH 29:32 Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a.
2CH 29:33 Bagay konsakre yo te sis-san towo ak twa-mil mouton.
2CH 29:34 Men prèt yo pa t ase e pou sa, yo pa t kapab kòche tout ofrann brile yo. Konsa, frè yo nan Levit yo te ede yo jiskaske travay la te fini, e jiskaske lòt prèt yo te fin konsakre yo menm. Paske Levit yo te pi dedye pou konsakre yo menm pase prèt yo.
2CH 29:35 Te gen osi anpil ofrann brile avèk grès a ofrann lapè yo, avèk ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò.
2CH 29:36 Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman.
2CH 30:1 Alò, Ézéchias te voye kote tout Israël avèk Juda, e anplis, li te ekri lèt a Éphraïm avèk Manassé pou yo ta vini lakay SENYÈ a Jérusalem pou selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la.
2CH 30:2 Paske wa a avèk chèf pa li yo ak tout asanble Jérusalem nan te pran desizyon pou selebre Pak la nan dezyèm mwa a.
2CH 30:3 Yo fè sa akoz yo pa t ka selebre li nan lè sa a, akoz prèt yo potko konsakre yo menm an kantite ase, ni pèp la potko rasanble Jérusalem.
2CH 30:4 Konsa, bagay la te kòrèk nan zye a wa a avèk tout asanble a.
2CH 30:5 Pou sa, yo te etabli yon dekrè pou sikile kòm yon pwoklamasyon pami tout Israël soti nan Beer-Schéba jis rive menm nan Dan, pou yo ta kapab vin selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la, Jérusalem. Paske yo pa t selebre li an gran nonb depi lè li te premye etabli a.
2CH 30:6 Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: “O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo.
2CH 30:7 Pa fè tankou papa zansèt nou yo avèk frè nou yo ki pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo, jiskaske li te fè yo parèt tankou yon laperèz etonan, jan nou wè a.
2CH 30:8 Alò, pa fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou.
2CH 30:9 Paske si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li.”
2CH 30:10 Pou sa, mesaje yo te pase soti nan yon vil a yon lòt vil, toupatou nan peyi Éphraïm avèk Manassé, e soti rive Zabulon. Men yo te fè grimas sou yo, yo te giyonnen yo, e moke yo.
2CH 30:11 Sepandan, kèk nan mesye Aser yo, Manassé, avèk Zabulon yo te imilye yo, e yo te vini Jérusalem.
2CH 30:12 Anplis, men Bondye te sou Juda pou bay yo yon sèl kè pou fè sa ke wa a avèk chèf yo te kòmande yo a, pa pawòl SENYÈ a.
2CH 30:13 Alò, anpil moun te rasanble Jérusalem pou selebre Fèt Pen San Ledven an nan dezyèm mwa a, yon asanble ki te trè trè gran.
2CH 30:14 Yo te leve e te retire fo lotèl ki te Jérusalem yo. Anplis, yo te retire tout fo lotèl lansan yo e te jete yo nan flèv Cédron an.
2CH 30:15 Epi yo te touye jèn mouton Pak yo nan katòzyèm jou nan dezyèm mwa a. Konsa, prèt yo avèk Levit yo te vin wont a yo menm, e te konsakre yo menm, e te pote ofrann brile yo lakay SENYÈ a.
2CH 30:16 Yo te kanpe nan estasyon pa yo selon koutim pa yo, selon lalwa Moïse la, nonm Bondye a. Prèt yo te aspèje san ke yo te resevwa nan men Levit yo.
2CH 30:17 Paske te gen anpil prèt nan asanble a ki pa t konsakre yo menm. Pou sa, Levit yo te responsab pou touye jèn mouton Pak yo ki te pou tout sila ki pa t pwòp yo, pou yo ta kapab vin konsakre yo a SENYÈ a.
2CH 30:18 Paske yon foul nan pèp la, menm anpil nan Éphraïm avèk Manassé, Issacar ak Zabulon pa t pirifye yo menm, sepandan yo te manje Pak la yon lòt jan ke sa ki te premye etabli a. Paske Ézéchias te priye pou yo e te di: “Ke SENYÈ a kapab padone
2CH 30:19 tout sila ki prepare kè yo pou chache Bondye, SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, malgre se pa selon règleman pou pirifikasyon nan sanktyè a.”
2CH 30:20 Pou sa, SENYÈ a te tande Ézéchias e te geri pèp la.
2CH 30:21 Fis a Israël ki te la Jérusalem yo te selebre Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk gran jwa, e Levit yo avèk prèt yo te louwe SENYÈ a, jou apre jou, avèk enstriman ki te fè gwo son a SENYÈ a.
2CH 30:22 Epi Ézéchias te pale ankourajman a tout Levit ki te montre gwo kapasite pou afè SENYÈ yo. Konsa, yo te manje pandan sèt jou ki te chwazi yo pandan yo t ap fè sakrifis ofrann lapè yo e t ap bay remèsiman a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo a.
2CH 30:23 Anfen, tout asanble a te deside selebre yon lòt sèt jou ankò, e yo te selebre sèt jou yo avèk kè kontan.
2CH 30:24 Paske Ézéchias, wa Juda a, te bay asanble a mil towo ak sèt-mil mouton; epi prens yo te bay yon mil towo ak di-mil mouton. Konsa, yon gran kantite nan prèt yo te konsakre yo menm.
2CH 30:25 Tout asanble Juda a te rejwi avèk prèt yo ak Levit yo ak tout asanble ki te sòti an Israël la, ni vwayajè ki te sòti nan peyi Israël yo ansanm ak sila ki te rete Juda yo.
2CH 30:26 Konsa, te gen gwo lajwa Jérusalem, akoz pa t janm genyen yon bagay parèy a sa Jérusalem depi nan jou a Salomon yo, fis David la, wa Israël la.
2CH 30:27 Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.
2CH 31:1 Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.
2CH 31:2 Konsa, Ézéchias te apwente divizyon a prèt yo ak Levit yo pa divizyon pa yo, yo chak selon sèvis pa yo, prèt yo avèk Levit yo pou ofrann brile avèk ofrann lapè yo, pou fè sèvis e bay remèsiman avèk lwanj nan pòtay kan SENYÈ a.
2CH 31:3 Li te etabli osi pòsyon wa a nan byen pa li pou ofrann brile yo, pou ofrann maten avèk aswè a, ofrann brile pou Saba yo, pou nouvèl lin yo e pou fèt etabli yo, jan sa ekri nan lalwa SENYÈ a.
2CH 31:4 Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a lalwa SENYÈ a.
2CH 31:5 Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans dim nan tout bagay.
2CH 31:6 Fis a Israël avèk Juda ki te rete lavil Juda yo, anplis, te pote fè antre dim nan bèf avèk mouton yo, e dim nan don sen ki te konsakre a SENYÈ a, Bondye pa yo a, e te plase yo nan gwo pil yo.
2CH 31:7 Nan twazyèm mwa a, yo te kòmanse fè pil yo e te fin fè yo nan setyèm mwa a.
2CH 31:8 Lè Ézéchias avèk chèf yo te vin wè gwo pil yo, yo te beni SENYÈ a avèk pèp Israël Li a.
2CH 31:9 Epi Ézéchias te kesyone prèt yo avèk Levit yo sou gwo pil yo.
2CH 31:10 Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”
2CH 31:11 Epi Ézéchias te kòmande yo pou prepare chanm lakay SENYÈ a e yo te prepare yo.
2CH 31:12 Yo te byen fidèl nan pote dim avèk ofrann avèk bagay konsakre yo. Epi Conania, Levit la, te ofisye an chaj sou yo, e frè l, Schimeï te dezyèm nan.
2CH 31:13 Jehiel, Azazia, Nachath, Asaël, Jerimoth, Jozabad, Éliel, Jismakia, Machath avèk Benaja te anplwaye anba direksyon Conania avèk frè l, Schimeï, selon chwa Wa Ézéchias yo, e Azaria te ofisye prensipal lakay Bondye a.
2CH 31:14 Koré, fis a Jimna a, Levit la, gadyen pòtay lès la, te chèf sou ofrann bòn volonte a Bondye yo, pou fè distribisyon don pou SENYÈ a avèk bagay ki sen pase tout lòt bagay yo.
2CH 31:15 Anba otorite li, te gen Éden, Minjamin, Josué, Schemaeja, Amaria ak Schecania, nan vil prèt yo pou separe, fidèlman, bay frè pa yo pa divizyon yo, piti kon gran,
2CH 31:16 anplis de sa yo ki te sou chif zansèt yo, pou gason soti nan laj trantan oswa plis yo—tout moun ki te antre lakay SENYÈ a kòm obligasyon chak jou yo—pou travay nan devwa yo selon divizyon yo;
2CH 31:17 ansanm ak prèt ki te anrejistre pa zansèt yo selon lakay papa zansèt pa yo, e Levit yo soti nan laj a ventan oswa plis, selon devwa yo ak divizyon yo.
2CH 31:18 Anrejistreman pa zansèt yo te kontwole tout timoun yo, madanm yo, fis yo ak fi yo, pou tout asanble a, paske yo te konsakre yo menm, fidèlman, nan sentete.
2CH 31:19 Anplis, pou fis a Aaron yo, prèt yo, ki te nan tèren patiraj lavil yo, oswa nan chak vil menm, te gen mesye ki te dezinye pa non pou fè distribisyon pòsyon a chak gason pami prèt yo e chak ki te anrejistre pa zansèt li yo pami Levit yo.
2CH 31:20 Konsa, Ézéchias te fè patou nan tout Juda; epi li te fè sa ki te bon e dwat devan SENYÈ a, Bondye li a.
2CH 31:21 Tout èv ke li te kòmanse fè nan sèvis lakay Bondye a, nan lalwa avèk kòmandman an, nan chache Bondye li a, li te fè yo avèk tout kè li, e li te byen reyisi.
2CH 32:1 Apre zak fidelite sila yo, Sanchérib, wa Assyrie a, te vin atake Juda. Li te fè syèj a tout vil fòtifye yo, e li te fè plan pou pouse antre nan yo pou l domine yo pou kont li.
2CH 32:2 Alò, lè Ézéchias te wè ke Sanchérib te vini, e ke li te gen plan pou fè lagè sou Jérusalem,
2CH 32:3 li te deside avèk ofisye pa li yo ak gèrye pa li yo, pou koupe kouran dlo ki te ale deyò lavil la, e yo te ede li.
2CH 32:4 Pou sa, anpil moun te rasanble e te bouche tout sous avèk flèv ki te kouri nan zòn nan. Konsa, yo te di: “Poukisa wa Asiryen yo ta dwe vini pou jwenn tout dlo sa a?”
2CH 32:5 Konsa, li te pran kouraj, e te rebati tout mi ki te kraze yo e te fè yo monte nan nivo tou li yo. Li te ranfòse lòt miray pa deyò pou te fè Millo lavil David la pi solid, e li te fè zam avèk boukliye defans an gran kantite.
2CH 32:6 Li te chwazi chèf militè sou pèp la, e te rasanble yo kote li nan plas kote pòtay vil la. Li te pale pawòl ki pou ankouraje yo. Li te di:
2CH 32:7 “Rete fò e pran kouraj, pa pè ni dekouraje akoz wa Assyrie a, ni tout gran foul la ki avèk l yo; paske sila ki avèk nou an pi gran ke sila ki avè l.
2CH 32:8 Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a.
2CH 32:9 Apre sa Sanchérib, wa Assyrie a, te voye sèvitè li yo Jérusalem pandan li t ap fè syèj Lakis avèk tout lame li a avèk li kont Ézéchias, wa Juda a, e kont tout Juda ki Jérusalem yo. Li te di:
2CH 32:10 Konsa pale Sanchérib, wa Assyrie a: “Sou kilès n ap mete konfyans pou nou ta retire Jérusalem anba syèj?
2CH 32:11 Èske Ézéchias p ap egare nou pou fè nou vin mouri avèk grangou ak swaf, pandan l ap di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, va delivre nou soti nan men a wa Assyrie a?’
2CH 32:12 Èske menm Ézéchias sa a pa t retire wo plas Li yo avèk lotèl Li yo, e te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan yon sèl lotèl e sou li, nou va brile lansan?’
2CH 32:13 Èske nou pa konnen sa mwen avèk zansèt mwen yo te fè a tout pèp nan lòt peyi yo? Èske dye nan nasyon yo te gen kapasite menm pou delivre peyi yo anba men mwen?
2CH 32:14 Kilès ki te gen pami tout dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo pa t detwi nèt, ki ta kapab delivre pèp li a sòti nan men m pou Dye pa w la ta kapab delivre ou soti nan men m?
2CH 32:15 Alò, pou sa, pa kite Ézéchias pase nou nan tenten, ni egare nou konsa. Ni pa kwè li, paske pa t gen dye nan okenn nasyon oswa wayòm ki te konn delivre pèp li nan men m ni soti nan men a zansèt mwen yo. Konbyen an mwens Dye pa nou an va delivre nou soti nan men m?”
2CH 32:16 Sèvitè li yo te pale plis kont SENYÈ a, Bondye a, e kont sèvitè li a, Ézéchias.
2CH 32:17 Anplis, li te ekri lèt yo pou meprize SENYÈ a, Bondye Israël la, e pou pale kont Li, epi li te di: “Jan dye nasyon yo ak peyi yo pa t delivre pèp pa yo soti nan men m, konsa Bondye Ézéchias la p ap delivre pèp Li a soti nan men m.”
2CH 32:18 Yo te kriye sa byen fò ak gwo vwa nan langaj a Juda, vè pèp Jérusalem ki te sou miray la, pou fè yo pè e teworize yo, pou yo ta kab pran vil la.
2CH 32:19 Yo te pale sou Bondye Jérusalem nan kòmsi se youn nan dye a pèp lemond yo, zèv a men de lòm yo.
2CH 32:20 Men Wa Ézéchias avèk pwofèt Ésaïe, fis a Amots la, te fè lapriyè sou sa a, e te kriye fò anvè syèl la.
2CH 32:21 Konsa, SENYÈ a te voye yon zanj ki te detwi tout gwo gèrye, kòmandan ak chèf nan kan wa Assyrie a. Pou sa, li te retounen nan wont li ale nan pwòp peyi li. Epi lè li te antre nan tanp dye pa li a, kèk nan pwòp pitit pa li yo te touye li la avèk nepe.
2CH 32:22 Konsa, SENYÈ a te sove Ézéchias avèk moun Jérusalem yo soti nan men a Sanchérib, wa Assyrie a, soti nan men a tout ènmi li yo, e te gide yo tout kote.
2CH 32:23 Epi anpil moun t ap pote don bay SENYÈ a Jérusalem ak kado byen chwazi a Ézéchias, wa Juda a, jis apre, li te fin egzalte nan men a tout nasyon yo.
2CH 32:24 Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive pre lanmò. Li te priye a SENYÈ a. SENYÈ a te pale avèk li e te ba li yon sign.
2CH 32:25 Men Ézéchias pa t remèt anyen pou benefis li te resevwa a, paske kè li te plen ògèy. Akoz sa, kòlè SENYÈ a te vini sou li avèk Juda ak Jérusalem.
2CH 32:26 Men Ézéchias te vin desann ògèy kè li a, ni li menm, ni pèp Jérusalem nan, jiskaske kòlè pa t rive sou yo pandan jou a Ézéchias yo.
2CH 32:27 Alò, Ézéchias te gen anpil richès avèk onè. Li te fè pou kont li trezò an ajan, lò, pyè presye, epis, boukliye defans ak tout kalite bagay ak gwo valè,
2CH 32:28 anplis, depo pou konsève sereyal, diven avèk lwil, pak pou tout kalite bèt, avèk pak pou bann mouton yo.
2CH 32:29 Li te fè vil pou li menm, e te vin genyen bann mouton avèk twoupo an gran kantite, paske Bondye te ba li anpil richès.
2CH 32:30 Se te Ézéchias ki te bouche sous piwo dlo Guihon yo, e te dirije yo rive nan pati lwès lavil David la. Ézéchias te byen reyisi nan tout sa li te fè.
2CH 32:31 Men nan afè mesaje ki sòti Babylone yo, ki te voye bò kote li pou aprann tout mèvèy ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite li, pou L ta ka pase l nan eprèv pou wè tout sa ki te nan kè l.
2CH 32:32 Alò, tout lòt zèv Ézéchias yo avèk zèv fidèl li yo, vwala, yo ekri nan vizyon Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, nan Liv A Wa Juda Avèk Israël Yo.
2CH 32:33 Konsa, Ézéchias te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan chemen an ki monte kote tonm fis a David yo. Tout Juda avèk pèp Jérusalem nan te onore li nan lanmò li. Fis li a, Manassé te devni wa nan plas li.
2CH 33:1 Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-senkan Jérusalem.
2CH 33:2 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon abominasyon yo a nasyon an ke SENYÈ a te chase deyò devan fis Israël yo.
2CH 33:3 Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias, papa li te kraze yo. Anplis, li te monte lotèl pou Baal yo. Li te fè Asherim yo, e li te adore tout lame syèl yo e te sèvi yo.
2CH 33:4 Li te bati lotèl lakay SENYÈ a sou sila yo SENYÈ a te di: “Se non Mwen k ap nan Jérusalem jis pou tout tan an.”
2CH 33:5 Paske li te bati lotèl pou tout lame syèl yo nan de lakou lakay SENYÈ yo.
2CH 33:6 Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.
2CH 33:7 Li te mete imaj taye ke li te fè lakay Bondye a, sou sila Bondye te di a David ak Salomon, fis li a: “Nan kay sila a ak nan Jérusalem, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan.
2CH 33:8 Mwen p ap retire ankò pye Israël soti nan peyi ke Mwen te chwazi pou papa zansèt nou yo, si sèlman yo va obsève pou fè tout sa ke M te kòmande yo pa tout lalwa, règleman avèk òdonans ki te bay pa Moïse yo.”
2CH 33:9 Konsa, Manassé te egare Juda ak pèp Jérusalem nan pou fè plis mal pase menm nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.
2CH 33:10 SENYÈ a te pale ak Manassé avèk pèp li a, men yo pa t okipe sa menm.
2CH 33:11 Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l nan chenn. Yo te mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.
2CH 33:12 Pandan li te nan gwo twoub, li te sipliye SENYÈ a, Bondye pa li a, devan Bondye a zansèt li yo.
2CH 33:13 Lè li te priye a Li menm, Li te touche pa priyè li a. Konsa, Li te tande siplikasyon li an, e te mennen li ankò Jérusalem kote wayòm li an. Konsa, Manassé te konnen ke SENYÈ a te Bondye.
2CH 33:14 Alò, apre sa li te bati miray deyò lavil David la sou kote lwès a Guihon, nan vale a, menm pou rive nan antre Pòtay Pwason an. Li te antoure Ophel la avèk li, e te fè li byen wo, epi li te mete chèf lame yo nan tout vil fòtifye Juda yo.
2CH 33:15 Anplis, li te retire dye etranje yo avèk zidòl yo soti lakay SENYÈ a. Tout lotèl ke li te bati sou mòn lakay SENYÈ a ak nan Jérusalem yo, li te jete yo deyò lavil la.
2CH 33:16 Li te monte lotèl SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè avèk ofrann remèsiman sou li; epi li te kòmande Juda pou sèvi SENYÈ a, Bondye Israël la.
2CH 33:17 Sepandan, pèp la te toujou fè sakrifis nan lye wo yo, men sèlman a SENYÈ Bondye pa yo a.
2CH 33:18 Alò, tout lòt zèv Manassé yo, menm lapriyè li a Bondye pa li a, ak pawòl a divinò yo ki te pale avèk li nan non SENYÈ a, Bondye Israël la, men gade, yo pami achiv a wa Israël yo.
2CH 33:19 Anplis lapriyè li, jan li te sipliye Bondye a, ak tout peche li yo, enfidelite li ak landwa ke li te bati wo plas pou te fè monte Asherim yo, ak imaj taye yo, avan li te vin imilye li menm, gade, yo tout ekri nan achiv a Hozaï yo.
2CH 33:20 Konsa, Manassé te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan pwòp kay li. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
2CH 33:21 Amon te gen laj a venn-dezan lè l te devni wa, e li te renye dezan Jérusalem.
2CH 33:22 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a tankou Manassé, papa li, te konn fè a, e Amon te fè sakrifis a tout imaj taye ke papa li, Manassé te fè yo, e li te sèvi yo.
2CH 33:23 Anplis, li pa t imilye li menm devan SENYÈ a jan papa li, Manassé te fè a, men Amon te ogmante koupabilite li.
2CH 33:24 Anfen, sèvitè li yo te fè konplo kont li, e te mete li a lanmò nan pwòp kay pa li.
2CH 33:25 Men pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo a kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.
2CH 34:1 Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem.
2CH 34:2 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a. Li te mache nan chemen a David, papa zansèt pa li a e li pa t vire akote ni adwat ni agoch.
2CH 34:3 Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo.
2CH 34:4 Yo te chire desann lotèl Baal yo nan prezans li, lotèl lansan ki te byen wo sou yo, li te koupe yo desann. Anplis, Asherim yo, imaj taye yo ak imaj fonn yo, li te kraze yo an mòso, kraze yo fè poud e li te gaye l sou tonm a sila ki te fè sakrifis a yo menm yo.
2CH 34:5 Li te brile zo a prèt Baal yo sou lotèl la, e li te pirifye Juda avèk Jérusalem.
2CH 34:6 Nan vil a Manassé yo, Éphraïm, Siméon, jis rive Nephthali, nan mazi kraze yo,
2CH 34:7 li te osi chire fè desann lotèl yo. Li te kraze Asherim avèk imaj taye yo jiskaske yo te fè poud, e te koupe desann lotèl lansan yo toupatou nan peyi Israël la. Anfen, li te retounen Jérusalem.
2CH 34:8 Alò, nan di-zuityèm ane règn li a, lè li te fin pirifye peyi a avèk kay la, li te voye Schaphan, fis a Atsalia a avèk Maaséja, yon ofisye lavil la ak Joach, fis a Joachaz la, grefye a, pou repare lakay SENYÈ a, Bondye li a.
2CH 34:9 Yo te vin kote Hilkaja, wo prèt la, e yo te livre li lajan ki te pote lakay Bondye a, ke Levit yo, gadyen pòtay yo, te kolekte soti Manassé, Éphraïm, de tout retay Israël yo, e soti nan tout Juda avèk Benjamin ak pèp Jérusalem nan.
2CH 34:10 Yo te ba li nan men a ouvriye ki te sipèvize lakay SENYÈ a, epi ouvriye ki t ap travay lakay SENYÈ a te sèvi ak li pou restore e repare kay la.
2CH 34:11 Yo menm, te remèt li a chapant avèk mason yo pou achte wòch taye avèk gwo bwa pou travès ak bwa mare pou kay ke wa nan Juda yo te kite detwi yo.
2CH 34:12 Mesye yo te fè travay la avèk bòn fwa ak fòmann ki sou yo pou sipèvize yo. Yo te sipèrvize pa Jachath avèk Abidias, Levit yo nan fis a Merari yo, Zacharie avèk Meschallam nan fis a Keatit yo ak Levit yo, tout moun ki te gen gwo kapasite, ak lòt ki te fò nan jwe enstriman mizik yo.
2CH 34:13 Anplis, yo te sou sila ki t ap pote chaj yo, e yo te sipèvize tout ouvriye soti de yon tach a yon lòt. Pami Levit yo te gen skrib, ofisye ak sipèvizè.
2CH 34:14 Lè yo t ap pote fè sòti lajan ki te antre lakay SENYÈ a, Hilkija, prèt la, te twouve liv lalwa SENYÈ a ki te bay pa Moïse la.
2CH 34:15 Hilkija te reponn e te di a Schaphan, sekretè a: “Mwen te twouve liv lalwa lakay SENYÈ a.” Epi Hilkija te bay liv la a Schaphan.
2CH 34:16 Konsa, Schaphan te pote liv la kote wa a, e te bay yon rapò anplis a wa a. Li te di: “Tout sa ou te konfye a sèvitè ou yo, y ap fè l.
2CH 34:17 Yo deja retire lajan yo te twouve lakay SENYÈ a, e te livre li nan men a sipèvizè yo ak ouvriye yo.”
2CH 34:18 Anplis, Schaphan, sekretè a te di wa a, “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li ladann, nan prezans a wa a.
2CH 34:19 Lè wa a te tande pawòl lalwa yo, li te chire rad li.
2CH 34:20 Epi wa a te kòmande Hilkija, Achikam, fis a Schaphan an, Abdon, fis Michée a, Schaphan, sekretè a ak Asaja, sèvitè a wa a e te di:
2CH 34:21 “Ale fè ankèt a SENYÈ a pou mwen e pou sila ki rete Israël avèk Juda yo, konsènan pawòl a liv ki te twouve a; paske byen gwo, se kòlè SENYÈ a ki vide sou nou akoz papa zansèt nou yo pa t obsève pawòl a SENYÈ a, pou fè selon tout sa ki ekri nan liv sila a.”
2CH 34:22 Konsa, Hilkija avèk sila ke wa a te pale yo te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thokehath la, fis a Hasra a, gadyen vètman yo, (alò, li te rete Jérusalem nan dezyèm katye); epi yo te pale avèk li konsa.
2CH 34:23 Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Di nonm ki te voye nou kote mwen an,
2CH 34:24 Konsa pale SENYÈ a: Veye byen, Mwen ap voye malè sou plas sa a ak sou pèp li a, menm tout malediksyon ki ekri nan liv ke yo te li nan prezans a wa Juda a.
2CH 34:25 Akoz yo te abandone Mwen, e te brile lansan a lòt dye yo, pou yo ta kapab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv a men yo; pou sa, kòlè Mwen va vin vide sou plas sa a e li p ap etenn.’”’
2CH 34:26 “Men pou wa Juda ki te voye nou fè ankèt devan SENYÈ a, konsa nou va pale a li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la selon pawòl ke ou te tande yo,
2CH 34:27 akoz kè ou te mou e ou te imilye ou menm devan Bondye lè ou te tande pawòl Li yo kont plas sa a, e kont pèp li a, akoz ou te imilye ou menm devan Mwen, ou te chire vètman ou e ou te kriye devan M, Mwen anverite te tande ou’, deklare SENYÈ a.
2CH 34:28 Tande byen, Mwen va ranmase ou a papa zansèt ou yo, e ou va ranmase a tonm ou an anpè, pou zye ou pa wè tout malè ke Mwen va pote sou plas sa a avèk pèp li a.” Yo te pote bay wa a mesaj sila a.
2CH 34:29 Epi wa a te voye rasanble tout ansyen a Juda avèk Jérusalem yo.
2CH 34:30 Wa a te monte vè lakay SENYÈ a, e tout mesye Juda yo, pèp Jérusalem nan, prèt yo, Levit yo, e tout moun soti nan pi gran jis rive nan pi piti yo—epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl liv akò ki te twouve lakay SENYÈ a.
2CH 34:31 Wa a te kanpe nan plas li a, e te fè yon akò devan SENYÈ a pou mache nan chemen SENYÈ a, pou kenbe kòmandman Li yo avèk temwayaj Li yo, avèk règleman Li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou reyisi fè tout pawòl a akò ki ekri nan liv sila yo.
2CH 34:32 Anplis, li te fè tout moun ki te prezan Jérusalem avèk Benjamin yo kanpe avèk li. Konsa, pèp Jérusalem la te fè selon akò Bondye a, Bondye a papa zansèt yo a.
2CH 34:33 Josias te retire tout abominasyon soti nan tout peyi ki te apatyen a fis Israël yo e te fè tout moun ki te prezan an Israël yo sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a. Pandan tout lavi li, yo pa t detounen nan swiv SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
2CH 35:1 Epi Josias te selebre fèt Pak a SENYÈ a Jérusalem. Yo te touye bèt pou Pak la sou katòzyèm jou nan premye mwa a.
2CH 35:2 Li te plase prèt yo nan pozisyon pa yo e te ankouraje yo nan sèvis lakay SENYÈ a.
2CH 35:3 Anplis, li te di a Levit ki te enstwi tout Israël yo, e ki te sen a SENYÈ a: “Mete lach SENYÈ a nan kay ke Salomon, fis a David la, wa Israël la, te bati a. Li p ap ankò yon chaj sou zepòl nou. Alò, koulye a sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, avèk pèp Li a, Israël.
2CH 35:4 Prepare nou menm selon lakay papa zansèt nou yo nan divizyon nou yo selon ekriti a David la, wa Israël la e selon ekriti a fis li a, Salomon.
2CH 35:5 Anplis, kanpe nan lye sen an selon divizyon lakay papa zansèt nou yo ak frè nou yo ak selon Levit yo, pa divizyon lakay papa zansèt nou yo.
2CH 35:6 Alò, touye bèt Pak la, sanktifye nou e prepare pou frè nou yo pou fè selon pawòl SENYÈ a, selon Moïse.”
2CH 35:7 Josias te fè kontribisyon pou pèp la, tout sa ki te prezan, bann jenn mouton yo ak jenn kabrit yo, tout pou ofrann Pak la, an kantite trant-mil, plis twa-mil towo. Sila yo te sòti nan byen ki te pou wa a.
2CH 35:8 Anplis, ofisye pa li yo te fè kontribisyon a yon ofrann bòn volonte a pèp la, prèt yo avèk Levit yo. Hilkija, Zacharie, avèk Jehiel, chèf lakay Bondye yo, te bay a prèt yo pou Pak la, yon ofrann de-mil-sis-san bèt ki sòti nan bann mouton yo, avèk twa-san towo.
2CH 35:9 Conania osi avèk Schemaeja ak Nethaneel, frè li yo, Haschabia, Jeïel avèk Jozabad, ofisye Levit yo, te kontribye a Levit yo pou ofrann Pak la, senk-mil ki sòti nan bann mouton an ak senk-san towo.
2CH 35:10 Pou sa, sèvis la te fin prepare e prèt yo te kanpe nan estasyon pa yo avèk Levit yo nan divizyon pa yo selon lòd a wa a.
2CH 35:11 Yo te touye bèt Pak yo e pandan prèt yo t ap aspèje san ki te resevwa soti nan men Levit yo, epi Levit yo t ap retire pwal yo.
2CH 35:12 Yo te retire ofrann brile yo pou yo ta kab bay yo selon divizyon lakay papa zansèt yo pou pèp la pou prezante a SENYÈ a jan sa ekri nan liv Moïse la. Yo te fè sa tou avèk towo yo.
2CH 35:13 Konsa, yo te boukannen bèt Pak yo, sou dife selon règleman an, yo te bouyi bagay sen yo nan bonm, chodyè ak nan kaswòl e yo te pote yo avèk vitès a tout pèp òdinè yo.
2CH 35:14 Apre yo te prepare pou yo menm e pou prèt yo, akoz prèt yo, fis a Aaron yo t ap ofri ofrann brile avèk grès jis rive nan aswè. Pou sa, Levit yo te prepare pou yo menm ak pou prèt yo, fis a Aaron yo.
2CH 35:15 Anplis, chantè yo, fis a Asaph yo te nan estasyon pa yo selon kòmand a David la, Asaph, Héman, avèk Jeduthun, konseye a wa a; epi gadyen pòtay te nan chak pòtay. Yo pa t oblije sòti nan sèvis pa yo akoz frè yo te prepare pou yo.
2CH 35:16 Konsa, tout sèvis SENYÈ a te prepare nan jou sa a pou selebre Pak la e pou ofri ofrann brile yo sou lotèl SENYÈ a selon kòmand a Wa Josias la.
2CH 35:17 Fis Israël ki te prezan yo te selebre Pak la nan lè sa a ak Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou.
2CH 35:18 Pa t janm gen yon selebrasyon Pak tankou sa an Israël depi jou a Samuel yo, pwofèt la. Ni pa te gen okenn nan wa Israël yo ki te selebre yon Pak jan Josias te fè avèk prèt yo, Levit yo, tout Juda, Israël ki te prezan yo ak pèp Jérusalem nan.
2CH 35:19 Se te nan uityèm ane règn Josias la, ke Pak sa a te selebre.
2CH 35:20 Apre tout sa, lè Josias te mete tanp lan an lòd, Néco, wa Egypte la, te vin monte pou fè lagè Carkemisch, sou rivyè Euphrate la, e Josias te parèt deyò pou rankontre li.
2CH 35:21 Men Néco te voye mesaje yo kote li. Li te di: “Kisa nou gen pou fè youn avèk lòt, O Wa Juda a? Se pa kont ou ke m ap vini jodi a, men kont kay avèk sila mwen angaje nan lagè yo. Bondye te kòmande mwen fè prese. Byen avèti ke se Bondye ki avè m nan, pou Li pa detwi ou.”
2CH 35:22 Sepandan, Josias te refize vire kite li, men li te kache idantite li pou l ta kab fè lagè avèk li. Li pa t koute pawòl a Néco ki soti nan bouch Bondye a, men li te vin fè lagè sou plèn Méguiddo a.
2CH 35:23 Achè yo te tire Wa Josias, e wa a te di a sèvitè li yo: “Ale avè m, sòti, paske mwen blese byen grav.”
2CH 35:24 Pou sa, sèvitè li yo te retire li nan cha a, e yo te pote li nan dezyèm cha li te genyen an. Yo te mennen li Jérusalem kote li te mouri, e li te antere nan tonm a papa zansèt li yo. Tout Juda avèk Jérusalem te kriye pou Josias.
2CH 35:25 Konsa, Jérémie te chante yon lamantasyon pou Josias. Epi tout chantè yo, ni gason, ni fanm pale sou Josias nan lamantasyon yo jis rive jodi a. Konsa, yo te fè avèk yo yon òdonans an Israël. Men gade, yo ekri nan Lamantasyon yo.
2CH 35:26 Alò, tout lòt zèv a Josias yo avèk zèv fidelite pa li yo, jan sa ki ekri nan lalwa SENYÈ yo,
2CH 35:27 ak zèv li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël Avèk Juda yo.
2CH 36:1 Alò, pèp peyi a te pran Joachaz, fis Josias la, e yo te fè li wa nan plas papa li Jérusalem.
2CH 36:2 Joachaz te gen venn-twazan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa Jérusalem.
2CH 36:3 Epi wa Egypte la te retire li sou pouvwa a Jérusalem, e li te egzije yon kontribisyon de san talan ajan ak yon talan lò sou peyi a.
2CH 36:4 Wa Egypte la te fè Éliakim, frè l la, wa sou Juda avèk Jérusalem, e li te chanje non li an Jojakim. Men Néco te pran frè li a, Joachaz e te mennen li an Égypte.
2CH 36:5 Jojakim te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa e li te renye onzan Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, Bondye li a.
2CH 36:6 Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont li, e te mare li avèk chenn an bwonz pou mennen li Babylone.
2CH 36:7 Anplis, Nebucadnetsar te mennen kèk nan bagay ki sòti lakay SENYÈ a Babylone, e te mete yo nan tanp Babylone nan.
2CH 36:8 Alò, tout lòt zèv a Jojakim yo avèk abominasyon ke li te fè yo, ak sa ki te twouve kont li yo, men vwala, yo ekri nan Liv A Wa A Israël Avèk Juda yo. Epi Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li.
2CH 36:9 Jojakin te gen laj a uitan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa avèk dis jou Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a.
2CH 36:10 Nan kòmansman ane a, Wa Nebucadnetsar te mennen li Babylone avèk bagay byen chè ki te sòti lakay SENYÈ a. Li te fè moun fanmi li, Sédécias, wa sou Juda avèk Jérusalem.
2CH 36:11 Sédécias te gen laj a ven-te-yen nan lè l te vin wa e li te renye pandan onzan Jérusalem.
2CH 36:12 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, Bondye li a. Li pa t imilye li menm devan Jérémie, pwofèt ki te pale pou SENYÈ a.
2CH 36:13 Anplis, li te fè rebèl kont Wa Nebucadnetsar ki te fè li sèmante fidelite pou Bondye. Men li te fè tèt di, e avèk kè di, li te refize vire vè SENYÈ a, Bondye Israël la.
2CH 36:14 Epi, ofisye a prèt yo avèk pèp la te manke fidèl anpil nan swiv tout abominasyon a nasyon yo, e yo te konwonpi kay ke SENYÈ a te fè sen Jérusalem nan.
2CH 36:15 SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, te voye kote yo tout tan pa mesaje pa Li yo, akoz li te gen mizerikòd vè pèp li a ak sou kote ke Li te abite a;
2CH 36:16 men yo te giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa.
2CH 36:17 Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.
2CH 36:18 Tout bagay ki te sòti lakay SENYÈ a, gran kon piti, trezò lakay SENYÈ a ak trezò a wa yo avèk ofisye li yo, li te mennen tout Babylone.
2CH 36:19 Anfen, yo te brile kay Bondye a, yo te kraze miray Jérusalem nan, yo te brile tout konstriksyon fòtifye li yo avèk dife, e yo te detwi tout bagay valab li yo.
2CH 36:20 Sila ki te chape anba nepe yo, li te pote yo ale Babylone; epi yo te sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte.
2CH 36:21 Sa te fèt pou fin akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch a Jérémie, jiskaske tè a te fin rejwi de tout Saba li yo. Pandan tout jou dezolasyon li yo, li te kenbe Saba a jiskaske swasann-dizan an te fin pase.
2CH 36:22 Alò, nan premye ane Cyrus la, Perse la—-pou l te kab akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch Jérémie——SENYÈ a te boulvèse lespri a Cyrus, wa Perse la, pou li ta voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an e anplis, ekri li pou di:
2CH 36:23 Konsa pale Cyrus, wa Perse la: “SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè, e Li te mete m anba lòd pou bati pou Li yon kay Jérusalem, ki nan Juda. Ke SENYÈ a, Bondye pa li a, kapab avèk li e kite li monte.”
EZR 1:1 Alò, nan premye ane Cyrus, wa a Perse la, pou pawòl SENYÈ a te kab akonpli pa bouch a Jérémie, SENYÈ a te vire lespri a Cyrus, wa Perse la, pou l te voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an, e anplis pou l ta ekri li pou te di:
EZR 1:2 “Konsa pale Cyrus, wa a Perse la, ‘SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè epi Li te chwazi mwen pou bati yon kay pou Li Jérusalem, ki nan Juda.
EZR 1:3 Nenpòt moun ki pami nou nan tout pèp li a, ke Bondye pa li a kapab avèk li! Lese l monte Jérusalem ki nan Juda pou rebati lakay SENYÈ a, Bondye Israël la (Se Li ki Bondye), ki nan Jérusalem nan.
EZR 1:4 Nenpòt nan yo ki toujou vivan, nenpòt kote ke li ta rete, kite moun nan plas sa yo bay li soutyen avèk ajan avèk lò, avèk byen ak bèt, ansanm avèk yon ofrann bòn volonte pou lakay Bondye ki Jérusalem nan.’”
EZR 1:5 Epi chèf lakay papa zansèt pa yo nan Juda avèk Benjamin, e prèt avèk Levit yo te leve, menm tout sila ki te gen lespri vire pa Bondye yo, pou monte rebati lakay SENYÈ a ki Jérusalem nan.
EZR 1:6 Tout sila ki te antoure yo te ankouraje yo avèk bagay an ajan, lò, byen pa yo, bèt yo, bagay yo koute chè pa yo, apati de tout sa ki te bay kon ofrann bòn volonte.
EZR 1:7 Anplis, Wa Cyrus te mennen fè sòti tout bagay ki te pou lakay SENYÈ a ke Nebucadnetsar te mennen fè sòti Jérusalem pou mete lakay dye a li menm yo;
EZR 1:8 menm sa yo Cyrus, wa Perse la, te fè sòti pa men Mithredath, trezorye a e li menm, te konte yo pou Sheshbatsar, prens a Juda a.
EZR 1:9 Men kontwòl yo: trant asyèt an lò, mil asyèt an ajan, vent-nèf kouto;
EZR 1:10 trant bòl an lò, kat-san-dis bòl an ajan nan yon lòt kalite ak mil nan lòt atik.
EZR 1:11 Tout bagay an lò avèk ajan yo te vin kontwole nan senk-mil-kat-san. Sheshbatsar te mennen yo tout monte avèk moun egzil ki te sòti Babylone yo pou rive Jérusalem.
EZR 2:1 Alò, sila yo se moun pwovens ki te vin sòti an kaptivite kon moun egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale Babylone e te gen tan retounen Jérusalem avèk Juda, yo chak nan pwòp vil pa yo.
EZR 2:2 Sila yo te vini avèk Zorobabel, Josué, Néhémie, Seraja, Reélaja, Mardochée, Bilschan, Mispar, Bigtvaï, Rehum ak Baana. Fòs kantite mesye nan pèp Israël yo:
EZR 2:3 Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz.
EZR 2:4 Fis a Schephathia yo, twa-san-swasann-douz.
EZR 2:5 Fis Arach yo: sèt-san-swasann-kenz;
EZR 2:6 fis a Pachath-Moab nan fis a Josué avèk Joab yo: de-mil-ui-san-douz.
EZR 2:7 Fis Élam yo: mil-de-san-senkant-kat.
EZR 2:8 Fis Zatthu yo: nèf-san-karann-senk.
EZR 2:9 Fis Zaccaï yo: sèt-san-swasant;
EZR 2:10 fis Bani yo: sis-san-karann-de,
EZR 2:11 Fis Bébaï yo: sis-san-venn-twa.
EZR 2:12 Fis Azgad yo: mil-de-san-venn-de.
EZR 2:13 Fis Adonikam yo: sis-san-swasann-sis.
EZR 2:14 Fis Bigvaï yo: de-mil-senkann-sis.
EZR 2:15 Fis Adin yo: kat-san-senkann-kat.
EZR 2:16 Fis Ather nan fanmi Ézéchias yo: katreven-dizuit.
EZR 2:17 Fis Betsaï yo: twa-san-venn-twa.
EZR 2:18 Fis Jora yo: san-douz.
EZR 2:19 Fis Haschum yo: de-san-venn-twa.
EZR 2:20 Fis Guibbar yo: katra-ven-kenz.
EZR 2:21 Mesye a Bethléem yo: san-venn-twa.
EZR 2:22 Mesye a Nethopha yo: senkann-sis.
EZR 2:23 Mesye Anathoth yo: san-venn-tuit.
EZR 2:24 Fis Azmaveth yo: karann-de.
EZR 2:25 Fis a Kirjath-Arim yo, Kephira, avèk Beéroth yo; sèt-san-karann-twa.
EZR 2:26 Fis a Rama avèk Guéba yo: sis-san-venteyen.
EZR 2:27 Mesye a Micmas yo: san-venn-de.
EZR 2:28 Mesye a Béthel avèk Aï yo: de-san-venn-twa.
EZR 2:29 Fis a Nebo yo: senkann-de.
EZR 2:30 Fis a Magbisch yo: san-senkann-sis.
EZR 2:31 Fis a lòt Élam nan: mil-de-san-senkant-kat.
EZR 2:32 Fis a Harim yo: twa-san-ven.
EZR 2:33 Fis a Lod, Hadid ak Ono yo: sèt-san-venn-senk.
EZR 2:34 Fis a Jéricho yo, twa-san-karann-senk.
EZR 2:35 Fis a Senaa yo: twa-mil-sis-san-trant.
EZR 2:36 Prèt yo; fis a Jedaeja lakay Josué yo: nèf-san-swasann-trèz.
EZR 2:37 Fis a Immer yo: mil-senkann-de;
EZR 2:38 fis a Paschhur yo: mil-de-san-karann-sèt.
EZR 2:39 Fis a Harim yo: mil-disèt.
EZR 2:40 Levit yo: fis a Josué yo, fis a Kadmiel yo e fis a Hodavia yo: swasann-katòz.
EZR 2:41 Chantè yo: fis a Asaph yo: san-venn-tuit.
EZR 2:42 Fis a gadyen yo: Fis a Schallum yo, fis a Ather yo, fis a Thalmon yo, fis a Akkub yo, fis a Hathitha yo e fis a Schobaï yo an total: san-trant-nèf.
EZR 2:43 Netinyen yo: fis a Tsicha yo, fis a Hasupha yo, avèk fis a Thabbaoth yo,
EZR 2:44 fis a Kéros yo, fis a Siaha yo, avèk fis a Padon yo,
EZR 2:45 fis a Lebana yo, fis a Hagaba yo, fis a Akkub yo,
EZR 2:46 fis a Hagab yo, fis a Schamlaï yo, fis a Hanan yo,
EZR 2:47 fis a Guiddel yo, fis a Gachar yo, fis a Reaja yo,
EZR 2:48 fis a Retsin yo, fis a Nekoda yo, fis a Gazzam yo,
EZR 2:49 fis a Uzza yo, fis a Peséach yo, fis a Bésaï yo,
EZR 2:50 fis a Asna yo, fis a Mehunim yo, fis a Nephusim yo,
EZR 2:51 fis a Bakbuk yo, fis a Hakupha yo, fis a Harhur yo,
EZR 2:52 fis a Batsluth yo, fis a Mehida yo, fis a Harscha yo,
EZR 2:53 fis a Barkos yo, fis a Sisera yo, fis a Thamach yo,
EZR 2:54 fis a Netsaich yo, fis a Hathipha yo.
EZR 2:55 Fis a sèvitè Salomon yo: fis a Sothaï yo, fis a Sophéreth yo, fis a Peruda yo,
EZR 2:56 fis a Jaala yo, fis a Darkon yo, fis a Guiddel yo,
EZR 2:57 fis a Schephathia yo, fis a Hatthil yo, fis a Pokéreth-Hatesbaïm yo, fis a Ami yo.
EZR 2:58 Tout sèvitè tanp lan avèk fis a sèvitè Salomon yo te twa-san-katreven-douz.
EZR 2:59 Alò, sa yo se sila ki te monte sòti Thel-Mélach, Thel-Harscha, Kerub-Addan, avèk Imher ki pa t kapab bay prèv selon lakay zansèt pa yo, ke se moun Israël yo te ye:
EZR 2:60 Fis a Delaja yo, fis a Tobija yo, fis a Nekoda yo, sis-san-senkann-de.
EZR 2:61 Epi pami fis a prèt yo: fis a Habaja yo, fis a Hakkots yo, fis a Barzillaï yo, ki te pran pou madanm li youn nan fi a Barzillaï yo, Gadit la e te rele pa non pa yo.
EZR 2:62 Sila yo te fè rechèch pami anrejistreman zansèt pa yo, men yo pa t kab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e te anpeche fè sèvis kon prèt.
EZR 2:63 Gouvènè a te pale yo pou pa manje bagay ki sen pase tout lòt bagay yo jiskaske yon prèt te kanpe avèk Ourim nan ak Toumim nan.
EZR 2:64 Tout asanble a te kontwole a karann-de-mil-twa-san-swasant moun,
EZR 2:65 anplis, sèvitè gason ak fanm pa yo ki te kontwole nan sèt-mil-twa-san-trann-sèt; epi yo te gen de-san chantè, ni gason ni fanm.
EZR 2:66 Cheval yo te kontwole nan sèt-san-trann-sis e milèt yo nan de-san-karann-senk.
EZR 2:67 Chamo yo te kat-san-trann-senk, avèk bourik yo nan si-mil-sèt-san-ven.
EZR 2:68 Kèk nan chèf lakay zansèt yo, lè yo te rive lakay SENYÈ a, ki Jérusalem nan, yo te fè ofrann bòn volonte a pou l ta rekonstwi fondasyon li yo.
EZR 2:69 Selon kapasite pa yo, yo te bay nan kès la sòm a swasan-te-yen-mil drakma an lò, senk-mil min an ajan, avèk san vètman pou prèt yo.
EZR 2:70 Alò prèt yo avèk Levit yo, kèk nan moun yo, chantè yo, gadyen pòtay yo avèk sèvitè tanp yo te rete nan vil pa yo e tout Israël nan vil pa yo.
EZR 3:1 Alò, lè setyèm mwa a te fin rive e fis Israël yo te nan vil yo, pèp la, kon yon sèl moun, te reyini ansanm Jérusalem.
EZR 3:2 Konsa, Josué, fis a Jotsadak la avèk frè li yo, prèt yo e Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk frè li yo, te leve e te bati lotèl Bondye Israël la pou ofri ofrann brile sou li, kon sa ekri nan lalwa Moïse la, nonm Bondye a.
EZR 3:3 Pou sa, yo te mete lotèl la sou fondasyon li, malgre yo te krent anpil akoz pèp a nasyon yo, epi yo te ofri ofrann brile yo sou li a SENYÈ a, ofrann brile nan maten ak nan aswè.
EZR 3:4 Yo te selebre Fèt Tonèl yo kon sa ekri a, e te fè fòs kantite ofrann brile ki te etabli chak jou yo, selon obligasyon chak jou ke òdonans lan egzije yo;
EZR 3:5 epi apre, te genyen yon ofrann brile san rete. Anplis, pou nouvèl lin e pou tout fèt SENYÈ a ki te òdone e konsakre yo, e soti nan tout moun ki te ofri yon ofrann bòn volonte a SENYÈ a.
EZR 3:6 Soti nan premye jou nan setyèm mwa a, yo te kòmanse ofri ofrann brile a SENYÈ a, men fondasyon tanp lan potko poze.
EZR 3:7 Yo te vèse bay lajan a mason yo avèk chapant yo avèk manje, bagay pou bwè, lwil pou Sidonyen avèk Tiryen yo pou pote bwa sèd sòti Liban pou rive nan lanmè Japho a, selon pèmisyon ke yo te resevwa soti nan Cyrus, wa Perse la.
EZR 3:8 Alò, nan dezyèm ane a, depi yo te rive lakay Bondye Jérusalem nan dezyèm mwa a, Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk Josué, fis a Jotsadak la avèk tout lòt frè pa yo, prèt yo avèk Levit yo e tout moun ki te vini soti an kaptivite pou rive Jérusalem, te kòmanse èv la e te apwente Levit yo ak laj a ventan oswa plis pou sipèvize travay lakay SENYÈ a.
EZR 3:9 Konsa, Josué avèk fis li yo ak frè li yo te kanpe ansanm avèk Kadmiel ak fis pa li yo, fis a Juda yo, fis a Hénadad yo avèk fis pa yo ak frè yo, Levit yo, pou sipèvize ouvriye nan tanp Bondye a.
EZR 3:10 Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la.
EZR 3:11 Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.
EZR 3:12 Men anpil nan prèt yo avèk Levit yo avèk chèf lakay zansèt yo, ansyen granmoun ki te konn wè premye tanp lan, te kriye avèk yon gran vwa lè fondasyon a kay sila a te poze devan zye yo. Anpil nan yo te rele fò avèk jwa,
EZR 3:13 jiskaske pèp la pa t kab distenge antre son lajwa ak son kriye a pèp la, paske pèp la te rele ak gran vwa e son an te koute soti byen lwen.
EZR 4:1 Alò, lè lènmi a Juda yo avèk Benjamin yo te tande ke moun egzil yo t ap bati yon tanp a SENYÈ a, Bondye Israël la,
EZR 4:2 yo te pwoche Zorobabel avèk chèf lakay zansèt yo. Yo te di yo: “Annou bati ansanm avèk nou, paske nou, kon ou menm, ap chache Bondye pa ou a. Nou t ap fè sakrifis a Li menm soti nan jou a Ésar-Haddon, wa Assyrie a, ki te mennen nou monte isit la.”
EZR 4:3 Men Zorobabel avèk Josué ak tout lòt chèf a lakay zansèt a Israël yo te di yo: “Ou pa gen anyen ansanm avèk nou menm nan bati yon kay a Bondye nou an, men nou menm pou kont nou, nou va bati a SENYÈ a, Bondye Israël la, kon Cyrus, wa Perse la, te kòmande nou an.”
EZR 4:4 Konsa, pèp peyi a te kòmanse dekouraje pèp Juda a, e te bay yo pwoblèm bati a.
EZR 4:5 Konsa yo te anplwaye konseye yo kont yo pou detounen pwòp bi pa yo pandan tout jou a Cyrus yo, wa Perse la, menm jis rive nan règn Darius la, wa Perse la.
EZR 4:6 Alò nan règn Assuérus la, nan kòmansman règn li a, yo te ekri yon akizasyon kont pèp Juda a avèk Jérusalem nan.
EZR 4:7 Nan jou a Artaxerxès yo, Bischlam, Mithredath, Thabeel ak tout lòt kolèg pa yo te ekri a Artaxerxès, wa Perse la. Lèt la te ekri nan lang Arameyen e livre nan lang Arameyen.
EZR 4:8 Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, grefye a, te ekri yon lèt kont Jérusalem a Wa Artaxerxès la, kon swivan.
EZR 4:9 Alò, ekri pa Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, avèk tout lòt kòlèg yo, jij yo ak gouvènè lokal yo, ofisye yo, sekretè yo, mesye Érec yo, Babilonyen yo, mesye Suse yo, sa vle di, Elamit yo,
EZR 4:10 ak tout lòt nasyon ke onorab e pwisan Onsappar te depòte e retabli nan vil Samarie ak nan tout lòt rejyon lòtbò rivyè Jourdain an.
EZR 4:11 Alò, sa se yon kopi a lèt sila ke yo te voye ba li a: “A wa Artaxerxès: Sèvitè ou yo, mesye nan rejyon lòtbò rivyè a.
EZR 4:12 Kite li vin rekonèt a wa a ke Jwif ki te monte soti kote ou te rive kote nou an Jérusalem. Yo ap rebati vil rebèl e mechan sa a e ap fin fè miray avèk reparasyon fondasyon yo.
EZR 4:13 Alò, kite wa a byen konnen, ke si vil sa a vin rebati, e miray yo konplete, yo p ap peye kontribisyon obligatwa pa yo ankò, ni tarif yo, ni frè lese pase yo, e sa va diminye fòs kès wa a.
EZR 4:14 Alò, akoz nou nan sèvis palè a, e se pa pwòp pou nou ta wè derespektan kont wa a; pou sa a, nou te voye enfòme wa a,
EZR 4:15 pou ou kab fè rechèch nan achiv a papa zansèt pa ou yo. Konsa, ou va dekouvri nan rekò ansyen yo ke vil sila a se yon vil rebelyon, ki konn fè donmaj a wa yo avèk pwovens yo, e ke yo te pwovoke revolisyon ladann nan tan pase yo. Se pou rezon sa a, ke vil sa a te vin detwi nèt konsa.
EZR 4:16 Nou enfòme wa a ke si vil sa a rebati e miray yo konplete; akoz sa a, ou p ap ankò posede anyen nan pwovens lòtbò larivyè Jourdain an.”
EZR 4:17 Wa a te voye reponn a Rehum, kòmandan a Schimschaï, grefye a ak tout lòt kòlèg pa yo ki te rete Samarie, ak nan tout lòt pwovens ki te lòtbò Rivyè Jourdain an: Lapè.
EZR 4:18 Dokiman ke nou te voye bannou an te tradwi ak li devan m.
EZR 4:19 Mwen te fè yon dekrè, rechèch te fèt e li te dekouvri ke vil sa a te konn leve kont wa yo nan jou pase yo, ke rebelyon avèk revolisyon te konn fèt ladann,
EZR 4:20 ke wa pwisan pa yo te konn gouvène tout pwovens lòtbò larivyè yo e ke kontribisyon obligatwa yo, tarif yo, e lese pase yo te konn peye a yo menm.
EZR 4:21 Pou sa, pibliye yon dekrè pou fè mesye sila yo sispann travay la pou vil sila a pa rebati jiskaske yon dekrè pibliye pa mwen menm.
EZR 4:22 Veye ke nou pa lach nan akonpli bagay sa a. Poukisa nou ta kite donmaj ki p ap nan avantaj a wa yo vin plis?
EZR 4:23 Depi lè kopi a dekrè a wa Artaxerxès te li devan Rehum avèk Schimschaï, grefye a avèk kòlèg parèy a yo, yo te ale byen vit Jérusalem kote Jwif yo, e te fè yo sispann pa fòs a zam.
EZR 4:24 Alò, travay lakay Bondye Jérusalem nan te sispann jis rive nan dezyèm ane a Darius, wa Perse la.
EZR 5:1 Alò pwofèt yo, pwofèt Agée avèk pwofèt Zacharie, fis a Iddo a, te pwofetize a Jwif ki te Juda avèk Jérusalem. Yo te pwofetize nan non Bondye Israël la.
EZR 5:2 Konsa, Zorobabel fis a Schealthiel la avèk Josué te leve, e te kòmanse rebati lakay Bondye ki Jérusalem nan, ansanm ak pwofèt Bondye yo ki te avèk yo pou bay yo soutyen.
EZR 5:3 Nan lè Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò Rivyè a e Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy a yo, te vin kote yo, e te pale avèk yo konsa: “Se kilès ki te bay ou dekrè pou fin fè tanp sila a, e pou fin fè konstriksyon sila a?”
EZR 5:4 Anplis, yo te mande non a mesye yo ki t ap fè batisman sila a.
EZR 5:5 Men zye a Bondye pa yo te veye sou ansyen nan Jwif yo, e yo pa t fè yo sispann jiskaske yon rapò te sòti nan Darius, wa Perse la.
EZR 5:6 Kopi a lèt ke Thathnaï, gouvènè lòtbò rivyè a, e Schethar-Boznaï avèk kòlèg Arpacschad yo ki te lòtbò rivyè a, ke yo te voye a Darius, wa a.
EZR 5:7 Yo te voye bay li yon rapò, e ladann, te ekri sa: A Darius, wa a; lapè avèk ou!
EZR 5:8 Kite li rekonèt a wa a ke nou te ale nan pwovens a Juda a, vè kay a gran Bondye a, ki ap bati avèk wòch ki gwo, e travès yo ap poze nan mi li yo. Travay sila a ap avanse avèk gwo swen e ap byen reyisi nan men yo.
EZR 5:9 Konsa, nou te kesyone ansyen sila yo epi te mande yo konsa: “Kilès ki te bay ou dekrè pou rebati tanp sa a, e fini avèk konstriksyon sa a?”
EZR 5:10 Anplis, nou te mande yo non yo pou nou ta kab fè ou konnen e ke nou ta kapab ekri non a mesye ki te chèf an tèt yo.
EZR 5:11 Se konsa yo te reponn nou. Yo te di: “Nou se sèvitè a Bondye syèl la avèk tè a, e n ap rebati tanp ki te bati anpil ane pase yo, ke yon gran wa Israël te bati, e te fin acheve.
EZR 5:12 Men akoz papa pa nou yo te pwovoke Bondye syèl la a lakòlè, Li te livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Kaldeyen ki te detwi tanp sila a, e te mennen fè sòti tout pèp la jis rive Babylone.
EZR 5:13 Sepandan, nan premye ane Cyrus la, wa Babylone nan, Wa Cyrus te pibliye yon dekrè pou rebati kay Bondye sila a.
EZR 5:14 Anplis, zouti an ajan avèk lò lakay Bondye ke Nebucadnetsar te retire soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote yo nan tanp Babylone nan. Menm sila yo, Cyrus te pran soti nan tanp Babylone nan, e yo te bay a yon nonm ki te rele Sheshbatsar, sila li te chwazi kon gouvènè a.
EZR 5:15 Li te di li: ‘Pran zouti sila yo, ale depoze yo nan tanp Jérusalem nan, e kite kay Bondye a vin rebati nan plas li.’
EZR 5:16 Epi Sheshbatsar sila a te vin poze fondasyon kay Bondye a Jérusalem nan. Epi depi lè sa a, jis rive koulye a, li te anba konstriksyon men li poko fini.
EZR 5:17 Alò, si sa ta fè wa a kontan, kite yon rechèch fèt lakay trezorye wa a ki Babylone nan, ke si se konsa, yon dekrè te fèt pa Cyrus pou rebati kay Bondye sila a Jérusalem. Epi konsa, kite wa a voye bannou desizyon pa li sou ka sa a.”
EZR 6:1 Wa Darius te pibliye yon dekrè e yon rechèch te fèt nan achiv yo kote trezò yo te depoze Babylone nan.
EZR 6:2 Nan Achemetha, nan fò a, ki nan pwovens a Médie a, yo te twouve yon woulo, e ladann te ekri konsa kon yon rekòd anrejistre:
EZR 6:3 Nan premye ane a Wa Cyrus la, Cyrus, wa a, te pibliye yon dekrè: Sou kay Bondye nan Jérusalem nan, kite tanp kote sakrifis konn vin ofri yo vin rebati, e kite fondasyon li yo konsève, wotè ki swasant koude a e lajè ki swasant koude a
EZR 6:4 avèk twa ranje gwo wòch taye ak yon ranje an bwa. Epi kite frè a peye soti nan trezò wa a.
EZR 6:5 Anplis, kite zouti an lò avèk ajan ki pou lakay Bondye yo, ke Nebucadnetsar te pran soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote Babylone nan, remèt e fè retounen nan plas yo nan tanp Jérusalem nan. Konsa, nou va depoze yo nan kay Bondye a.
EZR 6:6 Alò, pou sa, Thathnaï, ou menm, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy ou yo, ofisyèl nan pwovens lòtbò rivyè yo, rete lwen de la.
EZR 6:7 Kite travay sila sou kay Bondye a kontinye; kite gouvènè a Jwif yo avèk ansyen a Jwif yo rebati lakay Bondye a sou sit anplasman li an.
EZR 6:8 Anplis, Mwen menm, Darius, ap bay yon dekrè sou sa nou gen pou fè pou ansyen sila yo nan Juda pou rekonstriksyon lakay Bondye sila a: Tout frè li se pou peye a pèp sila yo soti nan kès trezò ki sòti nan taks ki sòti nan pwovens lòtbò rivyè yo. Epi sa dwe fèt san fè reta.
EZR 6:9 Nenpòt sa ki nesesè, ni jenn towo, belye, ni jenn mouton pou ofrann brile a Bondye syèl la, e ble, sèl, diven ak lwil onksyon, jan prèt Jérusalem yo mande a, fòk sa bay a yo chak jou san manke,
EZR 6:10 pou yo kab ofri sakrifis agreyab a Bondye syèl la, e priye pou lavi a wa a avèk fis li yo.
EZR 6:11 Epi mwen te pibliye yon lòd ke nenpòt moun ki vyole dekrè sa a, yon travès bwa va rache sou pwòp kay li, li va leve wo, e atache sou li. E lakay li va devni yon gwo pil fatra.
EZR 6:12 Ke Bondye ki te fè non Li rete la, ta dechouke nenpòt wa oswa pèp ki ta leve men l chanje sa a pou li ta detwi kay Bondye sa a, Jérusalem. Mwen, Darius, te pase lòd sa a. Kite li akonpli avèk dilijans!
EZR 6:13 Alò, Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï, avèk kòlèg parèy a yo te konfòme avèk dilijans a lòd sa a jan Wa Darius te voye bay li a.
EZR 6:14 Epi ansyen pami Jwif yo te reyisi nan konstriksyon an selon asistans pwofesi ki t ap fèt pa Aggée avèk Zacharie yo, fis a Iddo a. Konsa, yo te fin bati selon lòd Bondye Israël la, dekrè a Cyrus la, Darius ak Artaxerxès, wa a Perse la.
EZR 6:15 Tanp sa a te fini sou twazyèm jou nan mwa Adar la. Li te nan sizyèm ane règn Wa Darius la.
EZR 6:16 Epi fis Israël yo, prèt yo, Levit yo ak tout lòt moun egzil ki te retounen yo, te selebre dedikasyon kay Bondye sila a avèk jwa.
EZR 6:17 Yo te ofri pou dedikasyon tanp Bondye sila a san towo, de-san belye, kat-san jenn mouton, e kon ofrann peche pou tout Israël la, douz mal kabrit ki te koresponn a non tribi Israël yo.
EZR 6:18 Epi yo te chwazi prèt yo a divizyon pa yo ak Levit yo nan lòd pa yo pou sèvis Bondye Jérusalem nan, jan sa ekri nan liv Moïse la.
EZR 6:19 Moun egzil yo te obsève fèt Pak la nan katòzyèm jou nan premye mwa a.
EZR 6:20 Paske prèt yo avèk Levit yo te fin pirifye yo ansanm, yo tout nan yo te pwòp. Epi yo te touye jenn mouton Pak la pou tout moun egzil yo, ni pou frè pa yo, prèt yo ak pou yo menm.
EZR 6:21 Fis a Israël ki te retounen an egzil yo, e tout sila ki te separe yo menm de lenpite a nasyon nan peyi yo pou fè ansanm avèk yo, pou chache SENYÈ a, Bondye Israël la, te manje Pak la.
EZR 6:22 Epi yo te obsève Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk jwa, paske SENYÈ a te fè yo rejwi, e te detounen kè a wa a Assyrie a vè yo pou ankouraje yo nan travay lakay Bondye a, Bondye Israël la.
EZR 7:1 Alò, apre bagay sila yo, nan règn Artaxerxès la, wa Perse la, te monte Esdras, fis a Seraja a, fis a Azaria a, fis a Hilkija a,
EZR 7:2 fis a Schallum nan, fis a Tsadok la, fis a Achithub la,
EZR 7:3 fis a Amaria a, fis a Merajoth la,
EZR 7:4 fis a Zerachja a, fis a Uzzi a, fis a Bukki a,
EZR 7:5 fis a Abischura a, fis a Phinées a, fis a Éléazar a, fis a Aaron an, wo prèt la.
EZR 7:6 Esdras sila a te monte soti Babylone e li te yon skrib avèk anpil konesans nan lalwa Moïse la, ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay la. Epi wa a te bay li tout sa ke li te mande akoz men SENYÈ a, Bondye li a, te sou li.
EZR 7:7 Kèk nan fis Israël yo avèk kèk nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, ak sèvitè tanp yo, te monte Jérusalem nan setyèm ane a Wa Artaxerxès la.
EZR 7:8 Li te vini Jérusalem nan senkyèm mwa a, ki te nan setyèm ane règn a Wa a.
EZR 7:9 Paske nan premye jou nan premye mwa a, li te kòmanse monte soti Babylone; epi nan premye jou nan senkyèm mwa a, li te rive Jérusalem, akoz bon men a Bondye pa li a te sou li.
EZR 7:10 Paske Esdras te dedye kè li pou etidye lalwa SENYÈ a, pou pratike li, pou enstwi règleman pa Li yo ak òdonans Li yo an Israël.
EZR 7:11 Alò, sa se yon kopi a dekrè ke Wa Artaxerxès te bay a Esdras, prèt la, skrib la, ki te byen enstwi nan kòmandman a SENYÈ a, avèk règleman Li yo pou Israël:
EZR 7:12 “Artaxerxès, wadèwa yo, a Esdras, prèt la, skrib lalwa Bondye Syèl la, lapè pafè. Depi koulye a,
EZR 7:13 mwen te bay yon dekrè ke nenpòt moun nan pèp Israël la avèk prèt pa yo ak Levit nan wayòm pa m nan ki gen volonte pou ale Jérusalem, kapab ale avèk ou.
EZR 7:14 Akoz ke ou voye pa wa a avèk sèt konseye li yo, pou mande konsèy sou Juda ak Jérusalem, selon lalwa Bondye pa ou a, ki nan men ou a,
EZR 7:15 epi pou pote ajan avèk lò ke wa a avèk konseye li yo te ofri libreman a Bondye Israël la, ki gen plas abitasyon Li Jérusalem,
EZR 7:16 avèk tout ajan ak lò ke ou jwenn nan tout pwovens Babylone yo, ansanm avèk ofrann bòn volonte a pèp la ak prèt yo, ki te ofri avèk bòn volonte pou lakay Bondye pa yo a ki Jérusalem nan.
EZR 7:17 Pou sa, avèk lajan sa a, nou va, avèk swen, achte towo, belye, jenn mouton avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, e ofri yo sou lotèl lakay Bondye nou an ki Jérusalem nan.
EZR 7:18 Nenpòt sa ou wè ki sanble bon a ou menm avèk frè ou yo pou fè avèk sa ki rete nan ajan avèk lò yo, nou kab fè l selon volonte Bondye pa nou an.
EZR 7:19 Anplis, zouti ki bay a nou pou sèvis lakay Bondye ou a, livre yo nèt devan Bondye Jérusalem nan.
EZR 7:20 Tout lòt bezwen pou lakay Bondye ou a, ke ou kab petèt gen okazyon founi, founi li soti nan kès trezò wa a.
EZR 7:21 Mwen, mwen menm, Wa Artaxerxès, pibliye yon dekrè a tout trezorye ki nan pwovens lòtbò rivyè a, ke nenpòt sa ke Esdras, prèt la, skrib lalwa a Bondye syèl la ta egzije a nou, fòk li fèt avèk swen,
EZR 7:22 jis menm rive a san talan ajan, san barik ble, san galon diven, san galon lwil, avèk sèl si li ta nesesè.
EZR 7:23 Nenpòt sa ki kòmande pa Bondye syèl la, kite li fèt avèk zèl pou lakay Bondye syèl la, pou pa vin genyen kòlè Li kont wayòm a wa a avèk fis li yo.
EZR 7:24 Anplis, nou fè nou konprann ke li pa pèmèt pou enpoze taks, kontribisyon obligatwa, ni frè lese pase sou okenn nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, Netinyen yo, ni sèvitè lakay Bondye sila a.
EZR 7:25 Ou menm, Esdras, selon sajès a Bondye ki nan men ou a, chwazi majistra yo avèk jij yo pou yo kab jije tout moun ki nan pwovens lòtbò rivyè a, menm tout sila ki konnen lalwa a Bondye pa ou a; epi ou kapab enstwi nenpòt moun ki manke konprann.
EZR 7:26 Nenpòt moun ki refize obsève lalwa Bondye ou a, avèk lalwa a wa a, kite jijman vin tonbe sou li avèk severite, swa pou lanmò, swa mete l deyò nan peyi a, swa sezi byen li, oswa ba li prizon.”
EZR 7:27 Beni se SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, ki te mete yon bagay konsa nan kè a wa a, pou fè bèl kay SENYÈ a ki Jérusalem nan;
EZR 7:28 epi te lonje bay lanmou dous Li a mwen menm devan wa a avèk konseye li yo e devan tout chèf pwisan a wa yo. Se te konsa mwen te ranfòse pa men SENYÈ a, Bondye mwen an, ki te sou mwen an, e mwen te rasanble mesye dirijan prensipal yo soti an Israël pou monte avè m.
EZR 8:1 Alò sila yo se chèf lakay papa zansèt yo, e anrejistreman a sila ki te monte avè m soti Babylone yo nan règn Wa Artaxerxès la:
EZR 8:2 Nan fis a Phinées yo, Guerschom. Nan fis a Ithamar yo, Daniel. Nan fis a David yo, Hatthusch.
EZR 8:3 Nan fis a Schecania yo ki te nan fis a Pareosch yo, Zacharie e avèk li, san-senkant gason ki te nan chif rejis la.
EZR 8:4 Nan fis a Pachat-Moab yo, Eljoénaï, fis a Zerachja a, epi avèk li menm, de-san gason.
EZR 8:5 Nan fis a Tsatttu yo, Schecania, fis a Jachaziel la e avèk li, twa-san gason.
EZR 8:6 Nan fis a Adin yo, Ébed, fis a Jonathan an e senkant gason avèk li.
EZR 8:7 Nan fis a Élam yo, Ésaïe, fis a Athalia a e avèk li, swasann-dis gason.
EZR 8:8 Nan fis a Schephathia yo, Zebadia, fis a Micaël la e avèk li, katre-ven gason.
EZR 8:9 Nan fis a Joab yo, Abdias, fis a Jehiel la e avèk li, de-san di-zuit gason.
EZR 8:10 Nan fis Schelomith yo, fis a Josiphia yo e avèk li, san-swasant gason.
EZR 8:11 Nan fis a Bébaï yo, Zacharie, fis a Bébaï a e avèk li, venn-tuit gason.
EZR 8:12 Nan fis a Azgad yo, Jochanan, fis a Hakkathan an e avèk li, san-dis gason.
EZR 8:13 Nan fis a Adonikam yo, dènye yo, men non yo, Éliphéleth, Jeiel ak Schemaeja e avèk li, swasant gason.
EZR 8:14 Nan fis a Bigvaï yo, Uthaï ak Zabbud e avèk yo, swasann-dis gason.
EZR 8:15 Alò, mwen te rasanble yo akote rivyè ki kouri rive Ahava a, kote nou te fè kan pandan twa jou. Epi lè mwen te obsève pèp la avèk prèt yo, mwen pa t twouve okenn nan Levit yo la.
EZR 8:16 Akoz sa, mwen te voye pou chèf yo Éliézer, Ariel, Schemaeja, Elnathan, Jarib, Elnathan, Nathan, Zacharie ak Meschullam e pwofesè yo, Jojarib avèk Einathan.
EZR 8:17 Mwen te voye yo kote Iddo, chèf prensipal nan andwa Casiphia a; epi mwen te fè yo konnen kisa pou yo di Iddo avèk frè li yo, sèvitè tanp yo nan andwa Casiphia a, sa vle di pou pote sèvitè yo kote nou pou lakay Bondye pa nou an.
EZR 8:18 Selon bon men SENYÈ a sou nou, yo te mennen bannou yon nonm ak anpil konprann nan fis a Machli yo, fis a Lévi a, fis Israël la, ki rele Schérébia ak fis li yo avèk frè li yo, di-zuit mesye;
EZR 8:19 epi Haschabia e avèk li, Ésaïe nan fis a Merari yo, avèk frè li yo ak fis li yo, ven;
EZR 8:20 epi de-san-ven nan sèvitè tanp yo, ke David avèk chèf yo te bay pou sèvis Levit yo, tout moun ki te dezigne pa non yo.
EZR 8:21 Epi mwen te pwoklame yon jèn, akote rivyè Ahava a, pou nou ta kab imilye nou devan Bondye nou an pou chache soti nan Li, yon vwayaj sof pou nou, pitit nou yo ak tout byen nou yo.
EZR 8:22 Paske mwen te wont mande a wa a, sòlda yo avèk chevalye yo pou pwoteje nou kont lènmi sou chemen an, akoz nou te di a wa a: “Men Bondye nou an byen dispoze sou sila ki chache Li yo, men ak pwisans Li avèk lakòlè Li kont tout sila ki abandone Li yo.”
EZR 8:23 Konsa, nou te fè jèn nan, e te chache Bondye nou konsa, e Li te koute sa nou te mande a.
EZR 8:24 Konsa, mwen te mete akote douz nan prèt prensipal yo, Schébéria, Haschabia ak dis nan frè yo.
EZR 8:25 Epi mwen te peze bay yo ajan, lò, avèk zouti, ofrann pou lakay Bondye nou an, ke wa a avèk konseye li yo ak chèf li yo avèk tout Israël prezan yo, te bay.
EZR 8:26 Konsa, mwen te peze mete nan men yo sis-san-senkant talan ajan, zouti an ajan ki te gen valè a san talan e anplis, san talan lò,
EZR 8:27 ven bòl an lò ki te gen valè mil darik yo, ak de zouti an bwonz klè, byen fen, presye kon lò.
EZR 8:28 Mwen te di yo: “Nou sen a SENYÈ a, e tout zouti yo sen. Epi ajan avèk lò a se yon ofrann bòn volonte a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo.
EZR 8:29 Veye e kenbe yo jiskaske nou peze yo devan prèt prensipal yo, Levit yo ak chèf an tèt lakay zansèt a Israël nou yo Jérusalem, nan chanm lakay SENYÈ yo.”
EZR 8:30 Konsa, prèt yo avèk Levit yo te aksepte ajan avèk lò ki te fin peze yo ak zouti yo pou pote yo Jérusalem lakay Bondye pa nou an.
EZR 8:31 Epi nou te vwayaje soti nan rivyè Ahava a nan douzyèm jou nan premye mwa a pou monte Jérusalem. Lamen Bondye nou an te sou nou, e Li te delivre nou soti nan men a lènmi yo, ak anbiskad nan chemen yo.
EZR 8:32 Konsa, nou te rive Jérusalem e te rete la pandan twa jou.
EZR 8:33 Nan katriyèm jou a, ajan an avèk lò a avèk zouti ki te peze pa men a Merémoth la, fis a Urie a, prèt la, e avèk li, te gen Éléazar, fis a Phinées; epi avèk yo, te gen Levit yo, Jozabad, fis a Josué a ak Noadia, fis a Binnui a.
EZR 8:34 Tout bagay te nimewote e te peze, e tout pwa a te rekòde menm lè sa a.
EZR 8:35 Moun egzil ki te sòti an kaptivite yo te ofri ofrann brile a Bondye Israël la: douz towo pou tout Israël, katre-ven-sèz belye, swasann-dis-sèt jenn mouton, douz mal kabrit kon ofrann peche. Yo tout te kon yon ofrann brile a SENYÈ a.
EZR 8:36 Yo te livre dekrè a wa a chèf pwovens yo, e a majistra lòtbò rivyè Jourdain an. Konsa, yo te bay soutyen a pèp la avèk lakay Bondye a.
EZR 9:1 Alò, lè bagay sa yo te fini, chèf yo te vin kote mwen epi te di: “Pèp Israël la avèk prèt ak Levit yo pa t separe yo menm de pèp peyi yo, men te swiv abominasyon pa yo, menm sila nan Canaan yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Jebizyen yo, Amonit yo, Moabit yo, Ejipsyen yo ak Amoreyen yo.
EZR 9:2 Paske yo te pran kèk nan fi pa yo kon madanm pou yo menm, ak pou fis pa yo, jiskaske ras sen an te vin mele avèk pèp peyi yo. Vrèman, se men a chèf yo avèk dirijan yo ki te pran an avan nan enfidelite sa a.”
EZR 9:3 Lè mwen te tande afè sila a, mwen te chire vètman mwen. Mwen te rache cheve nan tèt mwen avèk bab mwen e mwen te vin chita, dezole nèt.
EZR 9:4 Konsa, tout moun ki te tranble sou pawòl Bondye Israël la akoz enfidelite a moun egzil yo, te rasanble kote mwen. Epi mwen te chita dezole nèt jis rive nan ofrann aswè a.
EZR 9:5 Men nan ofrann aswè a, mwen te leve soti nan imilyasyon mwen, menm avèk rad ak manto mwen chire. Mwen te tonbe sou jenou mwen e te lonje men m kote SENYÈ a, Bondye mwen an.
EZR 9:6 Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo.
EZR 9:7 Depi nan jou a papa nou yo, jis rive jodi a, nou nan gran koupabilite. Epi akoz inikite nou yo, nou menm, wa nou yo ak prèt nou yo te vin livre nan men a wa peyi yo, a nepe, an kaptivite, piyaj ak wont ki byen vizib, jis rive jodi a.
EZR 9:8 Men koulye a, pou yon ti moman, gras la te parèt soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, pou kite pou nou, yon retay ki chape, pou bay nou yon pati nan kote sen Li an, pou Bondye nou an ta kapab klere zye nou e fè nou twouve yon ti amelyorasyon nan esklavaj nou an.
EZR 9:9 Paske se esklav nou ye; sepandan, Bondye pa t abandone nou, men te lonje ban nou lanmou dous Li nan zye a wa Perse yo, pou bannou amelyorasyon pou leve lakay Bondye nou an, pou restore sa ki te kraze nèt yo, e pou bannou yon miray nan Juda avèk Jérusalem.
EZR 9:10 “Alò, Bondye nou an, kisa nou va di apre sa? Paske nou te abandone kòmandman Ou yo,
EZR 9:11 ke Ou te kòmande pa sèvitè Ou yo, pwofèt yo, lè Ou te di: ‘Peyi ke nou ap antre pou posede a se yon peyi ki pa pwòp avèk moun ki pa pwòp nan peyi yo, avèk abominasyon pa yo avèk sila yo te akonpli soti nan yon pwent jis rive nan yon lòt ak lenpite pa yo.
EZR 9:12 Pou sa, pa bay fi nou yo a fis nou yo, ni pran fi pa yo pou fis pa nou, pa janm chache lapè yo ak pwosperite yo, pou nou kapab kenbe kouraj nou e manje bon bagay peyi a, e lese li kon yon eritaj a fis nou yo jis pou tout tan.’
EZR 9:13 “Apre tout sa ki te rive sou nou pou zak mechan nou yo ak gran koupabilite nou yo, akoz Ou menm, Bondye nou an, te remèt nou mwens ke linikite nou yo merite, e te ban nou yon retay chape kon sila a,
EZR 9:14 konsa, èske nou ap ankò kraze kòmandman Ou yo, e fè maryaj ak pèp ki fè abominasyon sila yo? Èske Ou pa t ap fache avèk nou jis nan pwen pou detwi nou, jis pa menm gen yon retay, ni okenn moun ki chape?
EZR 9:15 O SENYÈ a, Bondye Israël la, Ou dwat, paske yon retay ki chape te rete pou nou nan jou sa a. Men vwala, nou devan Ou nan koupabilite nou yo, e pèsòn pa kapab kanpe devan Ou akoz sa.”
EZR 10:1 Alò, pandan Esdras t ap priye e t ap fè konfesyon, t ap kriye e pwostène li devan lakay Bondye a, yon trè gran asanble, gason, fanm, ni timoun, te rasanble vè li soti an Israël; paske pèp yo te kriye byen anmè.
EZR 10:2 Schecania, fis a Jehiel la, youn nan fis a Élam yo, te di Esdras: “Nou pa t fidèl a Bondye nou an. Nou te marye ak fanm etranje soti nan pèp peyi yo. Malgre, koulye a toujou gen espwa pou Israël.
EZR 10:3 Alò pou sa a, kite nou fè yon akò avèk Bondye nou an pou mete akote tout fanm yo avèk pitit pa yo, selon konsèy a mèt mwen an, e pou sila ki tranble sou kòmandman Bondye nou yo. Epi kite sa fèt selon lalwa a.
EZR 10:4 Leve! Paske se ou menm ki responsab afè sila a, men nou va avèk nou. Pran kouraj e aji.”
EZR 10:5 Konsa, Esdras te leve, e te fè prèt prensipal yo, Levit yo ak tout Israël sèmante pou yo ta fè selon sa ki te pwopoze a. Konsa yo te sèmante.
EZR 10:6 Epi Esdras te leve soti devan lakay Bondye a, e te antre nan chanm a Jochanan an, fis a Éliaschib la. Malgre li te ale la, li pa t manje pen, ni bwè dlo, paske li te tèlman dezole akoz enfidelite a moun egzil yo.
EZR 10:7 Yo te fè yon dekrè nan tout Juda avèk Jérusalem a tout moun egzil yo, ke yo ta dwe rasanble Jérusalem,
EZR 10:8 epi ke nenpòt moun ki pa ta vini nan twa jou yo, selon konsèy a chèf pa yo avèk ansyen yo, tout byen li yo va konfiske e li menm ta retire nan asanble moun egzil yo.
EZR 10:9 Pou sa, tout mesye Juda avèk Benjamin yo te rasanble Jérusalem nan twa jou yo. Se te nan nevyèm mwa a sou ventyèm jou nan mwa a, tout moun te chita nan plas ouvri devan lakay Bondye a, e yo t ap tranble akoz afè sila a ak gwo lapli a.
EZR 10:10 Alò, Esdras, prèt la, te kanpe epi te di yo: “Nou pa t fidèl e nou te marye avèk fanm etranje yo, ki ogmante koupabilite Israël la.
EZR 10:11 Alò, akoz sa a konfese a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, e fè volonte L. Separe nou menm soti nan moun a peyi yo, e separe nou de madanm etranje yo.”
EZR 10:12 Konsa, tout asanble a te reponn ak yon gwo vwa: “Se konsa, jan ou te di a, se devwa nou pou nou fè.
EZR 10:13 Men gen anpil moun, se sezon lapli a, e nou p ap kab kanpe deyò a. Ni tach la pa kab fèt nan youn oswa de jou, paske nou te fè anpil transgresyon nan afè sila a.
EZR 10:14 Kite chèf nou yo reprezante tout asanble a, e kite tout sila nan vil nou yo ki te marye ak fanm etranje yo vini nan lè apwente yo, ansanm avèk ansyen a chak vil yo, jiskaske kòlè fewòs Bondye nou an, akoz bagay sa a, ta vin detounen kite nou.”
EZR 10:15 Sèlman Jonathan, fis Asaël la avèk Jachzia, fis a Thikva a, te opoze ak sa, avèk Meschullam avèk Schabthaï, Levit ki t ap bay yo soutyen an.
EZR 10:16 Men moun egzil yo te fè li konsa. Epi Esdras, prèt la, te chwazi mesye ki te chèf an tèt lakay zansèt yo pou chak kay zansèt, yo tout pa non yo. Konsa, yo te reyini nan premye jou nan dizyèm mwa a pou fè rechèch sou ka sila a.
EZR 10:17 Yo te fin fè rechèch la sou tout mesye ki te marye ak fanm etranje yo pou rive nan premye jou premye mwa a.
EZR 10:18 Pami fis a prèt ki te marye ak fanm etranje yo, yo te twouve fis a Josué yo, fis a Jotsadak la e frè li yo: Maaséja, Éliézer, Jarib, avèk Guedalia.
EZR 10:19 Yo te fè sèman pou mete akote fanm pa yo e akoz koupabilite a, yo te ofri yon belye a bann mouton an pou kouvri koupabilite yo.
EZR 10:20 Nan fis a Immer yo, te gen Hanani avèk Zebadia;
EZR 10:21 Nan fis a Harim yo, Masséja, Élie, Schemaeja, Jehiel, avèk Ozias.
EZR 10:22 Nan fis a Paschhur yo, Eljoénaï, Maaséja, Ismaël, Nethaneel, Jozabad, avèk Éleasa.
EZR 10:23 Nan Levit yo, te gen Jozabad, Schimeï, Kélaja, (sa vle di) Kelitha, Pethachja, Juda, avèk Éliézer.
EZR 10:24 Pami chantè yo, te gen Éliaschab. Pami gadyen pòtay yo: Schallum, Thélem ak Uri.
EZR 10:25 Nan Israël, nan fis a Pareosch yo: Ramia, Jizzija, Malkija, Mijamin, Éléazar, Malkija ak Benaja.
EZR 10:26 Nan fis a Élam yo: Matthania, Zacharie, Jehiel, Abdi, Jerémoth, avèk Élie.
EZR 10:27 Nan fis a Zatthu yo: Elojénaï, Éliaschib, Matthania, Jerémoth, Zabad, epi Aziza.
EZR 10:28 Nan fis a Bébaï yo: Jochanan, Hanania, Zabbaï, avèk Athlaï.
EZR 10:29 Nan fis a Bani yo: Meschullam, Malluc, Adaja, Jaschub, Scheal, avèk Ramoth.
EZR 10:30 Nan fis a Pachath-Moab yo: Adna, Kelal, Benaja, Maaséja, Matthania, Betsaleel, Binnuï avèk Manassé.
EZR 10:31 Nan fis a Harim yo: Éliézer, Jischija, Malkija, Schemaeja, Siméon.
EZR 10:32 Benjamin, Malluc avèk Schemaria.
EZR 10:33 Nan fis yo a Haschum: Matthanaï, Matthattha, Zabad, Éliphéleth, Jerémaï, Manassé avèk Schimeï.
EZR 10:34 Nan fis a Bani yo, Maadaï, Amram, Uel,
EZR 10:35 Benaja, Bédia, Keluhu,
EZR 10:36 Vania, Merémoth, Éliaschib,
EZR 10:37 Matthania, Matthanaï, Jaasaï,
EZR 10:38 Bani, Binnuï, Schimeï,
EZR 10:39 Schélémia, Nathan, Adaja,
EZR 10:40 Macnadbaï, Schaschaï, Scharaï,
EZR 10:41 Azareel, Schélémia, Schemaria,
EZR 10:42 Schallum, Amaria, avèk Joseph.
EZR 10:43 Nan fis a Nebo yo, Jeïel, Matthithia, Zabad, Zebina, Jaddaï, Joël ak Benaja.
EZR 10:44 Tout nan sila yo te marye avèk fanm etranje yo e te gen nan yo ki te gen fanm avèk sila yo te fè pitit.
NEH 1:1 Pawòl a Néhémie yo, fis Hacalia a. Alò, sa te fèt nan mwa Kisleu a, nan ventyèm ane a, pandan mwen te nan kapital Suse la,
NEH 1:2 ke Hanani, youn nan frè mwen yo, e kèk nan mesye ki soti Juda yo te vini. Mwen te mande yo sou Jwif yo ki te chape, e ki te reziste malgre kaptivite a, epi sou Jérusalem.
NEH 1:3 Yo te di mwen: “Retay ki la nan pwovens lan, ki te chape e ki te reziste malgre kaptivite a nan gwo pwoblèm ak dezolasyon. Miray Jérusalem nan kraze nèt e pòtay li yo fin brile ak dife.”
NEH 1:4 Lè m te tande pawòl sila yo, mwen te chita la, mwen te kriye e fè gwo plent pandan kèk jou; epi mwen t ap fè jèn avèk lapriyè devan Bondye syèl la.
NEH 1:5 Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,
NEH 1:6 ke zòrèy W kapab atantif e zye Ou yo louvri pou tande lapriyè sèvitè Ou a ke mwen ap fè devan Ou koulye a, lajounen kon lannwit, nan non a fis Israël yo, pou konfese peche a fis Israël yo ke nou te fè kont Ou menm. Mwen menm avèk lakay papa m te peche.
NEH 1:7 Nou te byen konwonpi nan zak nou te fè kont Ou yo, e nou pa t kenbe kòmandman yo, règleman yo, òdonans yo, ke ou te kòmande a sèvitè Ou a, Moïse.
NEH 1:8 “Sonje pawòl ke Ou te kòmande sèvitè Ou a, Moïse, lè Ou te di: ‘Si nou pa fidèl, Mwen va gaye nou pami pèp yo;
NEH 1:9 men si nou retounen kote Mwen, kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo, malgre sila nan nou ki te gaye nan zòn pi izole nan syèl yo, Mwen va ranmase yo soti la, pou mennen yo rive nan plas kote Mwen te chwazi pou non Mwen te abite a.’
NEH 1:10 “Yo se sèvitè Ou e pèp Ou ke Ou te rachte pa gran pouvwa Ou, ak men pwisan Ou.
NEH 1:11 O Senyè, mwen sipliye W, pou zòrèy ou kapab atantif a lapriyè a sèvitè Ou a ak lapriyè a sèvitè Ou yo ki pran plezi nan louwe non Ou. Fè sèvitè Ou a reyisi nan jou sila a, e bay li mizerikòd devan nonm sila a.” Alò, se te mwen ki te pote tas pou wa a.
NEH 2:1 Li te vin rive nan mwa Nisan an, nan ventyèm ane a Wa Artaxerxès la, ke te gen diven devan li e mwen te monte pote diven an e te bay li a wa a. Alò, mwen pa t janm konn tris nan prezans li konsa.
NEH 2:2 Konsa, wa a te di mwen: “Poukisa figi ou tris konsa, malgre ou pa malad? Sa pa mwens ke tristès kè.” Konsa, mwen te krent anpil.
NEH 2:3 Mwen te di a wa a: “Kite wa a viv jis pou tout tan. Poukisa figi mwen pa ta dwe tris lè vil la, plas a tonm papa zansèt mwen yo, dezole nèt e pòtay li yo fin brile ak dife?”
NEH 2:4 Wa a te reponn mwen: “Kisa ou ta mande?” Konsa, mwen te priye a Bondye syèl la.
NEH 2:5 Mwen te di wa a: “Si li ta fè wa plezi, e si sèvitè ou a te jwenn favè devan ou, voye m Juda, nan vil tonm a papa zansèt mwen yo, pou m ta kab rebati li.”
NEH 2:6 Epi wa a te di mwen pandan rèn nan te chita akote l: “Konbyen de tan vwayaj ou kapab ye? Epi kilè ou va retounen?” Konsa, sa te fè wa a plezi pou voye mwen, e mwen te bay li yon lè jis.
NEH 2:7 Anplis mwen te di wa a: “Si sa fè wa a plezi, kite lèt bay a mwen pou gouvènè nan pwovens yo lòtbò rivyè a, pou yo kapab kite mwen pase ladan yo jiskaske mwen rive Juda;
NEH 2:8 anplis, yon lèt a Asaph, gadyen nan forè a wa a, pou li kapab ban mwen bwa chapant pou fè travès pou pòtay a fò ki akote tanp lan; epi pou miray lavil la e pou kay nan sila mwen prale a.” Wa a te ban m tout sa akoz bon men Bondye mwen an te sou mwen.
NEH 2:9 Mwen te rive kote gouvènè nan pwovens lòtbò rivyè yo, e te bay yo lèt a wa a. Alò, wa a te voye mwen avèk chèf lame yo ak chevalye yo.
NEH 2:10 Lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan te tande koze sila a, sa te fè yo pa kontan anpil, pou yon moun ta vin chache fè byen pou fis a Israël yo.
NEH 2:11 Konsa, mwen te vini Jérusalem, e mwen te la pandan twa jou.
NEH 2:12 Mwen te leve pandan lannwit lan, avèk kèk bon mesye avèk mwen. Mwen pa t pale pèsòn sa ke Bondye mwen an te mete nan tèt mwen pou fè pou Jérusalem nan, e pa t gen bèt avè m sof ke sila ke mwen menm te monte a.
NEH 2:13 Konsa, mwen te sòti deyò nan nwit lan akote Pòtay Vale a, vè Pwi Dragon an, anplis pou rive nan Pòtay Fimye a, e mwen t ap pase fè enspeksyon miray Jérusalem yo, ki te kraze nèt ak pòtay li yo ki te manje pa dife.
NEH 2:14 Mwen te pase rive pi lwen nan Pòtay Sous Bwote a, avèk Dlo Etan a Wa a; men pa t gen kote pou bèt mwen an pase.
NEH 2:15 Konsa, mwen te pase pandan nwit lan pa ravin nan pou te fè enspeksyon miray la. Epi mwen te antre ankò nan Pòtay Vale a e mwen te retounen.
NEH 2:16 Chèf lokal yo pa t konnen kote mwen te ale a, ni sa mwen te fè a; ni jis rive nan moman sa a, mwen potko pale Jwif yo, prèt yo, moun nòb yo, chèf yo, ni lòt moun ki t ap fè travay yo.
NEH 2:17 Konsa mwen te di yo: “Nou wè move ka nou an, ke Jérusalem dezole e pòtay li yo fin brile pa dife? Vini, annou rebati miray Jérusalem nan pou nou pa parèt kon yon wont ankò.”
NEH 2:18 Mwen te pale yo jan men Bondye mwen an te ban m favè e anplis, pawòl ke wa a te pale mwen yo. Yo te di: “Annou leve pou bati.” Konsa, yo te mete men yo nan bon èv sila a.
NEH 2:19 Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? Èske nou ap fè rebèl kont wa a?”
NEH 2:20 Konsa, mwen te reponn yo epi te di yo: “Bondye syèl la va fè nou reyisi. Se akoz sa a, sèvitè li yo va leve pou bati. Men nou menm, nou p ap gen pòsyon, ni dwa, ni souvni nan Jérusalem.”
NEH 3:1 Epi Éliaschib, wo prèt la, te leve avèk frè li yo, prèt yo pou te bati Pòtay Mouton an. Yo te konsakre li e te kwoke pòt li yo. Yo te konsakre miray depi nan tou Méa yo jis rive nan tou Hananeel la.
NEH 3:2 Akote li, mesye Jéricho yo te bati, e akote li, Zaccur, fis a Imri a te bati.
NEH 3:3 Alò, fis a Senna yo te bati Pòtay Pwason an. Yo te poze travès li yo, e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè.
NEH 3:4 Akote yo, Merémoth, fis a Urie a, fis a Hakkots la, te fè reparasyon yo. Epi akote li, Meschullam, fis a Bérékia a, fis a Meschézabeel la, te fè reparasyon yo. Akote li, Tsadok, fis a Baana a, te fè reparasyon yo.
NEH 3:5 Anplis, akote li, Tekoyit yo te fè reparasyon yo, men chèf prensipal pa yo a pa t bay soutyen a mèt ouvriye yo.
NEH 3:6 Jojada, fis a Paséach la avèk Meschullam, fis a Besodia a te repare Pòtay ansyen an. Yo te poze travès li yo, e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè.
NEH 3:7 Akote yo, Melatia, Gabonit lan, e Jadon, Mewonotit la, avèk mesye Gabaon avèk Mitspa, osi te fè reparasyon yo kon reprezantan gouvènè pwovens lòtbò rivyè a.
NEH 3:8 Akote li, Uzziel, fis a Harhaja a, òfèv la, te fè reparasyon yo. Epi akote li, Hanania, youn nan sila ki fè pafen yo, te fè reparasyon yo, e yo te restore Jérusalem jis rive nan Gran Miray la.
NEH 3:9 Akote yo, Rephaja, fis a Hur la, chèf a mwatye nan distri Jérusalem nan, te fè reparasyon yo.
NEH 3:10 Akote yo, Jedaja, fis a Harumaph la, te fè reparasyon anfas lakay li a. Epi akote li, Hattusch, fis a Haschabnia a, te fè reparasyon yo.
NEH 3:11 Malkija, fis a Harim nan avèk Haschub, fis a Pachath-Moab la, te fè yon lòt pati, avèk Wo Tou Founo yo.
NEH 3:12 Akote li, Schallum, fis a Hallochesch la, chèf a mwatye nan distri Jérusalem nan te fè reparasyon yo ansanm avèk fi li yo.
NEH 3:13 Hanun avèk moun ki te rete Zanoach yo te repare Pòtay Vale a. Yo te bati li e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè e te fè mil koude nan miray la vè Pòtay Fimye a.
NEH 3:14 Malkija, fis a Récab la, chèf Beth-Hakkérem nan, te repare Pòtay Fimye a. Li te bati li, e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè.
NEH 3:15 Schallun, fis a Col-Hozé a, chèf nan distri Mitspa a, te repare Pòtay Sous Bwote a. Li te bati li, te kouvri li, te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè, avèk miray kote Etan Siloé a toupre jaden a wa a jis rive kote mach pye eskalye ki te desann soti lavil David la.
NEH 3:16 Apre li menm, Néhémie, fis a Azbuk la, chèf a mwatye distri Beth-Tsur a te fè reparasyon yo jis rive anfas tonm a David yo, rive jis nan etan fèt a lamen avèk kay a mesye vanyan yo.
NEH 3:17 Apre li, Levit yo te kontinye reparasyon yo anba Rehum, fis a Bani a. Akote li menm, Haschabia, chèf a mwatye distri Keïla a, te fè reparasyon yo pou distri pa li a.
NEH 3:18 Apre li, frè pa yo te fè reparasyon yo anba Bavvaï, fis a Hénadad la, chèf a lòt mwatye distri a Keïla a.
NEH 3:19 Akote li Ézer, fis a Josué a, chèf a Mitspa a, te repare yon lòt pòsyon devan pant asnal la, nan ang lan.
NEH 3:20 Apre li Baruc, fis a Zabbaï a te repare avèk gwo kouraj, yon lòt pòsyon soti nan ang lan jis rive devan pòt a Éliaschib la, wo prèt la.
NEH 3:21 Apre li menm, Merémoth, fis a Urie a, fis a Hakkots la, te repare yon lòt pòsyon soti nan pòtay lakay Éliaschib la, jis rive nan dènye pwent lakay Éliaschib la.
NEH 3:22 Apre li, prèt yo mesye a vale yo te reyisi fè reparasyon yo.
NEH 3:23 Apre yo menm, Benjamin avèk Haschub te fè reparasyon yo devan lakay pa yo. Apre yo, Azaria, fis a Maaséja a, fis a Anania a, te fè reparasyon yo devan lakay pa li.
NEH 3:24 Apre li Binnuï, fis a Hénadad la, te repare yon lòt pòsyon soti lakay Azaria, jis rive nan ang lan, jis rive nan kwen an.
NEH 3:25 Palal, fis a Uzaï a te fè reparasyon yo devan ang lan avèk fò ki te parèt soti anwo kote lakay wa a, ki akote lakou gad la. Apre li, Pedaja, fis a Pareosch la, te fè reparasyon yo.
NEH 3:26 Sèvitè tanp ki te rete nan landwa Fimye yo te fè reparasyon yo jis pa devan Pòtay Dlo a vè lès avèk fò pwolonje a.
NEH 3:27 Apre yo menm, Tekoyit yo te repare yon lòt pati pa devan wo fò pwolonje a jis rive nan miray Fimye a.
NEH 3:28 Piwo Pòtay Cheval la, prèt yo te reyisi fè reparasyon pa yo, yo chak devan pwòp kay pa yo.
NEH 3:29 Apre yo menm, Tsadok, fis Immer a, te fè reparasyon yo devan lakay li. Epi apre li, Schemaeja, fis a Schecania a, gadyen Pòtay lès la te fè reparasyon yo.
NEH 3:30 Apre li, Hanania, fis a Schélémia a e Hanun, sizyèm fis a Tsalaph la, te repare yon lòt pati. Apre li, Meschullam, fis Bérékia te travay anfas pwòp chanm li.
NEH 3:31 Apre li menm, Malkija, youn nan òfèv yo, te fè reparasyon yo jis rive nan kay sèvitè tanp yo ak machann yo devan Pòtay Enspeksyon an, e jis rive nan wo chanm kwen an.
NEH 3:32 Antre wo chanm nan kwen an ak Pòtay Mouton yo, òfèv yo avèk machann yo te fè reparasyon yo.
NEH 4:1 Alò, li te vin rive ke lè Sanballat te tande ke nou t ap rebati miray la, li te vin anraje nèt, byen fache e te moke Jwif yo.
NEH 4:2 Li te pale nan prezans a frè li yo avèk Samariten rich yo. Li te di: “Se kisa Jwif san kapasite ak fòs sa yo ap fè la a? Èske y ap restore li pou kont yo? Èske yo kab ofri sakrifis? Èske yo kab fin fè l nan yon jounen? Èske yo kab restore wòch yo soti nan ranblè plen pousyè a; menm sa ki te brile yo?”
NEH 4:3 Alò, Tobija, Amonit lan, te toupre li. Li te di: “Menm sa y ap bati, si yon rena ta vòltije ladann, li ta kraze wòch miray yo!”
NEH 4:4 Tande, O Bondye pa nou an, kijan nou meprize! Fè repwòch pa yo retounen sou pwòp tèt yo, e livre yo pou yo ta vin piyaje nan yon peyi an kaptivite.
NEH 4:5 Pa padone inikite yo, e pa kite peche yo efase devan Ou, paske yo te dekouraje ouvriye ki t ap bati yo.
NEH 4:6 Konsa, nou te bati miray la, e tout miray la te jwenn ansanm jis rive nan mwatye wotè li, paske pèp la te gen tèt ansanm pou travay la.
NEH 4:7 Alò, lè Sanballat, Tobija, Arab yo, Amonit ak Ashdodit yo te tande ke reparasyon miray Jérusalem yo te kontinye, e ke brèch yo te kòmanse fèmen yo te byen fache.
NEH 4:8 Yo tout ansanm te fè konplo pou vin goumen kont Jérusalem, e pou fè zen ladann.
NEH 4:9 Men nou te priye a Bondye nou an e akoz yo menm, nou te plase yon gad pou anpeche yo lajounen kon lannwit.
NEH 4:10 Konsa, nan Juda yo t ap di: “Fòs a sila ki pote chaj yo ap febli, Malgre, toujou gen anpil fatra; Epi nou menm pou kont nou, P ap kab rebati miray la.”
NEH 4:11 Lènmi nou yo t ap di: “Yo p ap konnen ni wè jiskaske nou vini pami yo, touye yo e mete fen nan travay la.”
NEH 4:12 Lè Jwif ki te rete toupre yo te vin kote nou dis fwa epi te di nou: “Yo va vini kont nou soti tout kote ke nou kab vire,”
NEH 4:13 Alò, mwen te estasyone moun nan pati piba nan espas dèyè miray la, kote ki te manke pwotèj e mwen te estasyone moun pami fanmi yo avèk nepe pa yo, lans ak banza yo.
NEH 4:14 Lè m te wè ke yo te pè, mwen te leve pale avèk gwo moun yo, chèf yo ak tout lòt moun yo: “Pa pè yo; sonje Senyè a gran e mèvèye. Goumen pou frè nou yo, fis nou yo, fi nou yo, madanm nou yo ak lakay nou yo.”
NEH 4:15 Lè lènmi nou yo te tande ke afè yo te rekonèt pa nou, e ke Bondye te jennen plan yo; alò, nou tout te retounen kote miray la, chak moun nan pwòp travay li.
NEH 4:16 Depi jou sa a, mwatye nan sèvitè mwen yo te fè travay la, e lòt mwatye a te kenbe lans yo, boukliye pwotèj yo, banza yo ak pwotèj lestomak yo. Epi kapitèn yo te dèyè lakay Juda a.
NEH 4:17 Sila ki t ap rebati miray la avèk sila ki te pote chaj yo te pran chaj yo nan yon men pou fè travay la e te kenbe yon zam nan lòt men an.
NEH 4:18 Epi pou sila ki t ap bati yo, chak moun te mete yon nepe senti nan ren li pandan li t ap bati a, e mesye twonpèt la te rete toupre mwen.
NEH 4:19 Mwen te pale ak gwo moun yo, chèf yo, ak tout lòt moun yo: “Travay la gran e vast e nou se separe sou miray la de yon lwen a yon lòt.
NEH 4:20 Nenpòt kote ke nou tande twonpèt la, vin rive kote nou la a. Bondye nou an va goumen pou nou.”
NEH 4:21 Konsa, nou te kontinye travay la avèk mwatye nan yo ki te kenbe lans yo soti nan maten jis rive lè zetwal yo te vin parèt.
NEH 4:22 Nan lè sa a, mwen te di pèp la ankò: “Kite chak mesye yo ansanm avèk sèvitè li pase nwit lan Jérusalem pou yo kab fè yon bon gad pou nou pandan nwit lan, e sèvi kon yon ouvriye nan lajounen.”
NEH 4:23 Konsa, ni mwen menm, ni frè m yo, sèvitè mwen yo, ni mesye nan gad ki te swiv mwen yo, okenn pa t retire rad yo, chak moun te pote zam li, menm lè yo ale chache dlo.
NEH 5:1 Alò, te gen yon gwo kriye a moun sa yo avèk madanm pa yo kont frè Jwif parèy yo.
NEH 5:2 Paske te gen nan yo ki te di: “Nou menm, fis nou yo avèk fi nou yo anpil; pou sa, kite nou jwenn sereyal pou nou kab manje e viv.”
NEH 5:3 Te gen lòt ki te di: “Nou ap prete kòb kont chan nou yo, chan rezen yo, avèk kay nou yo pou nou kab twouve sereyal pou nou manje akoz gwo grangou a.”
NEH 5:4 Anplis, te gen ki te di: “Nou te prete lajan kont chan nou avèk chan rezen nou yo pou peye taks a wa a sou chan avèk chan rezen yo.
NEH 5:5 Alò, chè nou se menm ak chè a frè nou yo, pitit pa nou yo kon pa yo. Sepandan, nou ap fòse fè fis nou yo avèk fi nou yo vin esklav, gen nan yo ki deja mare ladann e nou san sekou, akoz chan nou avèk chan rezen nou yo vin pou yon lòt moun.”
NEH 5:6 Epi mwen te byen fache lè mwen te tande kriye ak pawòl sila yo.
NEH 5:7 Mwen te konsilte avèk tèt mwen, e mwen te kanpe fèm ak gwo chèf yo, avèk gwo moun yo epi te di yo: “Nou ap egzije enterè, soti nan men frè nou yo!” Akoz sa, mwen te reyini yon gran asanble kont yo.
NEH 5:8 Mwen te di yo: “Nou menm, selon kapasite nou, te rachte Jwif frè parèy nou yo ki te vann a lòt nasyon yo; alò koulye a, èske nou ta menm vann frè nou yo pou yo ta kab vin vann a nou menm?” Yo te rete an silans e pa t kab twouve yon pawòl pou pale.
NEH 5:9 Ankò, mwen te di: “Bagay ke n ap fè a pa bon! Èske nou pa ta dwe mache nan lakrent Bondye nou an pou evite repwòch a lòt nasyon yo, lènmi nou yo?
NEH 5:10 Epi anplis, mwen menm ak frè mwen yo ap prete yo lajan avèk sereyal. Souple, sispann mande enterè sa a.
NEH 5:11 Souple, remèt yo nan menm jou sa a, chan yo, chan rezen yo, chan doliv yo, avèk kay yo, avèk santyèm pati nan lajan, nan sereyal, diven nèf, avèk lwil ke nou ap egzije de yo.”
NEH 5:12 Epi yo te di: “Nou va remèt li e nou p ap mande yo anyen. N ap fè ojis tout sa ke ou di yo.” Konsa, mwen te rele prèt yo e te pran yon sèman soti nan yo pou yo ta fè selon sa ke yo te pwomèt yo.
NEH 5:13 Anplis, mwen te souke pati devan vètman mwen epi te di; “Se konsa ke Bondye ta souke retire sou chak moun oswa lakay li, oswa byen pa li, sila ki pa akonpli pwomès sa a; menm konsa pou l ta souke vide.” Epi tout asanble a te di: “Amen!” Epi yo te fè lwanj a SENYÈ a. Konsa, pèp la te fè selon sa yo te pwomèt yo.
NEH 5:14 Anplis, soti nan jou sa a mwen te chwazi kon gouvènè sou yo nan peyi Juda, soti nan ventyèm ane a jis rive nan trann-dezyèm ane a Wa Artexarxès la, pandan douzan, ni mwen ni moun fanmi parèy a mwen, yo pa t manje nan pati nan manje prevwa pou gouvènè a.
NEH 5:15 Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye.
NEH 5:16 Anplis, mwen te aplike mwen a travay sou miray la. Nou pa t achte okenn tèren e sèvitè pa m yo te toujou rasanble la pou travay la.
NEH 5:17 Toujou te gen sou tab mwen san-senkant Jwif avèk chèf yo, anplis, sila ki te vin kote nou soti nan nasyon ki te antoure nou yo.
NEH 5:18 Alò, sa ki te prepare chak jou yo se te yon gwo bèf avèk sis mouton nan meyè kalite, zwazo ki te prepare pou mwen; epi yon fwa chak di jou, tout kalite diven an abondans. Men pou tout sa, mwen pa t mande nan taks prevwa pou gouvènè a, akoz chaj la te lou sou pèp sa a.
NEH 5:19 Sonje mwen, O Bondye mwen avèk bonte Ou, pou tout sa ke m te fè pou pèp sa a.
NEH 6:1 Alò, lè l te rapòte a Sanballat, Tobija, Guéschem, Arab la, avèk lòt lènmi nou yo, ke mwen te rebati miray la e ke pa t gen brèch ankò ladann; malgre nan moman sa a, nou potko monte pòt nan pòtay yo,
NEH 6:2 Sanballat avèk Guéschem te voye kote mwen epi te di: “Vini, annou reyini ansanm nan Chephirim nan plèn Ono.” Men se mal ke yo te gen entansyon pou fè m.
NEH 6:3 Konsa, mwen te voye mesaje yo kote yo. Mwen te di: “Mwen ap fè yon gwo travay, e mwen p ap kab desann. Poukisa travay la ta dwe rete pandan mwen kite li pou vin kote nou?”
NEH 6:4 Yo te voye kote mwen kat fwa konsa e mwen te reponn yo menm jan an.
NEH 6:5 Konsa, Sanballat te voye sèvitè li kote mwen yon senkyèm fwa avèk yon lèt ouvri nan men l.
NEH 6:6 Ladann, li te ekri: “Gen yon rapò k ap fèt pami nasyon yo, e Gaschmu ap di ke ou menm avèk Jwif yo gen plan pou fè rebelyon. Ke se pou sa ke w ap rebati miray la. Epi se ou menm ki va wa yo, selon rapò yo.
NEH 6:7 Anplis ke ou te chwazi pwofèt Jérusalem yo pou fè pwoklamasyon pou ou menm, pou ‘Yon wa nan Juda!’ Konsa, yon rapò va voye kote wa a sou rapò sila yo. Pou sa a, vin kounye a, pou nou fè konsèy ansanm.”
NEH 6:8 Konsa, mwen te voye kote li. Mwen te di: “Kalite bagay sa yo ke w ap pale yo, pa t janm fèt, men w ap envante yo nan pwòp panse ou.”
NEH 6:9 Paske, yo tout t ap eseye fè nou pè e t ap reflechi: “Yo va vin dekouraje avèk travay la, e li p ap fèt.” Men koulye a, O Bondye ranfòse men m.
NEH 6:10 Lè m te antre lakay Schemaeja, fis a Delaja a, fis a Mehétabeel la, ki pa t kab kite lakay li, li te di: “Annou reyini ansanm lakay Bondye a, anndan tanp lan, annou fèmen pòt tanp yo, paske yo ap vin touye ou. Wi, y ap vini pandan lannwit lan pou touye ou.”
NEH 6:11 Men mwen te di: “Èske yon nonm tankou mwen ta dwe sove ale kache? Epi èske yon moun tankou mwen ta antre nan tanp lan pou sove lavi li? Mwen p ap antre.”
NEH 6:12 Konsa, mwen te vin apèsi ke anverite, Bondye pa t voye li, men li te eksprime pwofesi a kont mwen akoz Tobija avèk Sanballat te anplwaye li.
NEH 6:13 Li te anplwaye li pou rezon sa a; pou m ta kapab vin pè pou aji konsa e peche, pou yo menm ta kab gen yon move rapò kon repwòch kont mwen.
NEH 6:14 Sonje, O Bondye mwen, Tobija avèk Sanballat selon zèv pa yo, e anplis, pwofetès la, Noadia, ak lòt pwofèt ki te eseye fè m pè yo.
NEH 6:15 Konsa, miray la te fini nan venn-senkyèm jou mwa Elul la, sou senkant-de jou.
NEH 6:16 Lè tout lènmi nou yo te tande e tout nasyon ki antoure nou yo, te wè, yo te pèdi kouraj, paske yo te rekonèt ke travay sa a te fèt avèk èd Bondye pa nou an.
NEH 6:17 Anplis, nan jou sa yo, anpil lèt te sòti nan gwo moun a Juda yo bay Tobija e lèt Tobija yo te rive kote yo.
NEH 6:18 Paske anpil nan yo te mare pa sèman ak li menm, paske li te bofis a Schecania, fis a Arach la e fis pa li a, Jochanan te marye ak fi a Meschullam nan, fis a Bérékia a.
NEH 6:19 Anplis, yo t ap pale afè bon zèv li nan prezans mwen e te bay li rapò a pawòl mwen yo.
NEH 7:1 Alò, lè miray la te fin rebati, mwen te fin monte pòt yo e gadyen pòtay yo avèk chantè yo avèk Levit yo te chwazi.
NEH 7:2 Anplis, mwen te mete Hanani, frè mwen an, avèk Hanania, kòmandan fò a, an chaj Jérusalem. Paske li te yon nonm fidèl e te gen lakrent Bondye plis pase anpil moun.
NEH 7:3 Mwen te di yo: “Pa kite pòtay Jérusalem yo ouvri jiskaske solèy la vin cho ak pandan gad yo an plas yo, fè yo fèmen pòt yo e boulonnen yo. Anplis, chwazi gad yo soti nan pèp Jérusalem nan, chak moun sou pòs li e chak moun devan pwòp kay pa li.”
NEH 7:4 Alò, vil la te byen gran avèk anpil espas, men moun ladann yo pa t anpil e kay yo potko bati.
NEH 7:5 Konsa, Bondye mwen an te mete sa nan kè m pou rasanble sitwayen enpòtan lavil yo, chèf yo avèk pèp la pou vin anrejistre pa lign zansèt yo. Mwen te twouve liv a zansèt a sila ki te monte an premye yo, e ladann, rekò swivan an:
NEH 7:6 Sila yo se pèp pwovens ki te monte soti an kaptivite nan egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale yo, e ki te retounen Jérusalem avèk Juda, chak moun nan lavil pa li;
NEH 7:7 moun ki te vini avèk Zorobabel yo, Josué, Néhémie, Azaria, Raamia, Nachamani, Mardochée, Bilschan, Mispéreth, Bigvaï, Nehum, Baana. Kantite mesye nan pèp Israël yo:
NEH 7:8 Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz.
NEH 7:9 Fis a Schephathia yo, twa-san-senkann-de.
NEH 7:10 Fis a Arach yo, sis-san-senkann-de.
NEH 7:11 Fis a Pachath-Moab yo, fis a Josué yo avèk Joab, de-mil-ui-san-dizwit.
NEH 7:12 Fis a Élam yo, mil-de-san-senkann-kat.
NEH 7:13 Fis a Zatthu yo, ui-san-karann-senk.
NEH 7:14 Fis a Zaccaï yo, sèt-san-swasant.
NEH 7:15 Fis a Binnuï yo, sis-san-karann-tuit.
NEH 7:16 Fis a Bébaï yo, sis-san-venn-tuit
NEH 7:17 Fis a Azgad yo, de-mil-twa-san-venn-de.
NEH 7:18 Fis a Adonikam yo, sis-san-swasann-sèt.
NEH 7:19 Fis a Bigvaï yo, de-mil-swasann-sèt.
NEH 7:20 Fis a Adin yo, Sis-san-senkann-senk.
NEH 7:21 Fis a Ather yo, nan fanmi Ézéchias, katra-ven-di-zuit.
NEH 7:22 Fis a Haschum yo, twa-san-venn-tuit.
NEH 7:23 Fis a Betsaï yo, twa-san-venn-tuit.
NEH 7:24 Fis a Hariph yo, san-douz.
NEH 7:25 Fis a Gabaon yo, katre-ven-kenz.
NEH 7:26 Mesye a Bethléem yo avèk Netopha, san-katre-ven-uit.
NEH 7:27 Mesye a Anathoth yo, san-venn-tuit.
NEH 7:28 Mesye a Beth-Azmaveth yo, karann-de.
NEH 7:29 Mesye a Kirjath-Jearim yo, a Kephira, avèk Beéroth, sèt-san-karann-twa.
NEH 7:30 Mesye a Rama yo avèk Guéba, sis-san-ven-te-yen.
NEH 7:31 Mesye nan Micmas yo, san-venn-de.
NEH 7:32 Mesye nan Béthel avèk Aï yo, san-venn-twa.
NEH 7:33 Mesye nan lòt Nebo yo, san-karann-de.
NEH 7:34 Fis a lòt Élam yo, mil-de-san-senkann-kat.
NEH 7:35 Fis a Harim yo, twa-san-ven.
NEH 7:36 Fis a Jéricho yo, twa-san-karann-senk.
NEH 7:37 Fis a Lod, Hadid avèk Ono yo, sèt-san-ven-te-yen.
NEH 7:38 Fis a Senaa yo, twa-mil-nèf-san-trant.
NEH 7:39 Prèt yo: fis a Jedaeja lakay Josué yo, nèf-san-swasann-trèz.
NEH 7:40 Fis a Immer yo, mil-senkann-de.
NEH 7:41 Fis a Paschhur yo, mil-de-san-karann-sèt.
NEH 7:42 Fis a Harim yo, mil-di-sèt.
NEH 7:43 Levit yo: fis a Josué ak Kadmiel yo, avèk fis a Hodeva yo, swasann-katòz.
NEH 7:44 Chantè yo: fis a Asaph yo, san-karann-tuit.
NEH 7:45 Gadyen pòtay yo: fis a Schallum yo, fis a Ather yo, fis a Thaimon yo, fis a Akkub yo, fis a Hathitha yo, fis a Schobaï yo, san-trann-tuit.
NEH 7:46 Sèvitè tanp yo: fis a Tsicha yo, fis a Hasupha yo, fis a Thabbaoth yo.
NEH 7:47 Fis a Kéros yo, fis a Sia yo, fis a Padon yo.
NEH 7:48 Fis a Lebana yo, fis a Hagaba yo, fis a Salmaï yo.
NEH 7:49 Fis a Hanan yo, fis a Guiddel yo, fis a Gachar yo.
NEH 7:50 Fis a Reaja yo, fis a Retsin yo, fis a Nekoda yo.
NEH 7:51 Fis a Gazzam yo, fis a Uzza yo, fis a Paséach yo.
NEH 7:52 Fis a Bésaï yo, fis a Mehunim yo, fis a Nephischsim yo.
NEH 7:53 Fis a Bakbuk yo, fis a Hakupha yo, fis a Harhur yo.
NEH 7:54 Fis a Batslith yo, fis a Mehida yo, fis a Harscha yo,
NEH 7:55 fis a Barkos yo, fis a Sisera yo, fis a Thamach yo,
NEH 7:56 fis a Netsiach yo, fis a Hathipha yo.
NEH 7:57 Fis a sèvitè Salomon yo: fis a Sothaï yo, fis a Sophéreth yo, fis a Perida yo.
NEH 7:58 Fis a Jaaia yo, fis a Darkon yo, fis a Guiddel yo.
NEH 7:59 Fis a Schephathia yo, fis a Hatthil yo, fis a Pokéreth-Hatsebaïm yo, fis a Amon yo.
NEH 7:60 Tout sèvitè tanp yo avèk fis a sèvitè Salomon yo, twa-san-katre-ven-douz.
NEH 7:61 Sila yo se te yo menm ki te monte soti Tel-Melah yo, Tel-Harsha, Cherub, Addon e Immer yo, men yo pa t kab bay prèv lakay papa zansèt pa yo, pou demontre ke se Izrayelit yo te ye:
NEH 7:62 fis a Delaiah yo, fis a Tobiah yo, fis a Nekoda yo, sis-san-karann-de.
NEH 7:63 Nan prèt yo: fis a Hobaja yo, fis a Hakkots yo, fis a Barzillaï yo, ki te pran kon madanm youn nan fis a Barzillaï yo, Galaadit la e te rele selon non pa yo.
NEH 7:64 Sila yo te fè rechèch nan achiv zansèt yo, men yo pa t kapab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e pa t kab fè sèvis kon prèt.
NEH 7:65 Gouvènè a te pale yo ke yo pa t pou manje soti nan bagay sen pase tout lòt bagay yo, jiskaske yon prèt vin leve avèk Ourim avèk Thoumim nan.
NEH 7:66 Asanble a an antye te karann-de-mil-twa-san-swasant moun,
NEH 7:67 anplis, sèvitè avèk sèvant pa yo, sou sila yo te gen sèt-mil-twa-san-trann-sèt moun; epi yo te gen de-san-karann-senk gason avèk fanm nan chantè yo.
NEH 7:68 Cheval pa yo te sèt-san-trann-sis; milèt yo, de-san-karann-senk;
NEH 7:69 chamo yo, kat-san-trann-senk, bourik yo, si-mil-sèt-san-ven.
NEH 7:70 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te fè don pou travay la. Gouvènè a te bay nan trezò a travay la mil ons an lò, senkant basen ak senk-san-trant nan vètman prèt yo.
NEH 7:71 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te bay nan trezò travay la ven-mil ons an lò ak de-mil-de-san min an ajan.
NEH 7:72 Sa ki te bay pa tout lòt moun nan pèp la te ven-mil ons an lò, ak de-mil min an ajan, avèk swasann-sèt nan vètman prèt.
NEH 7:73 Alò, prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, kèk moun nan pèp la, sèvitè tanp yo ak tout Israël te rete nan vil pa yo. Lè setyèm mwa a te vin rive, fis Israël yo te vin antre nan pwòp vil pa yo.
NEH 8:1 Konsa, tout pèp la te rasanble kon yon sèl moun nan plas ki te devan Pòtay Dlo a. E yo te pale ak Esdras, skrib la, pou mennen liv lalwa Moïse la ke SENYÈ a te bay a Israël la.
NEH 8:2 Epi Esdras, prèt la, te pote lalwa a devan asanble a mesye yo avèk fanm yo, tout moun te kab koute avèk bon konprann, nan premye jou nan setyèm mwa a.
NEH 8:3 Li te li nan liv la devan plas ki te devan Pòtay Dlo a soti granmaten jis rive midi, nan prezans a mesye ak fanm ki te atantif a liv lalwa a.
NEH 8:4 Esdras, skrib la, te kanpe devan yon etaj an bwa ki te fèt eksprè pou afè sila a. Akote li te kanpe Matthithia, Schéma, Anaja, Urie, Hilkija, avèk Maaséja adwat li e agoch li, Pedaja, Mischaël, Malkija, Haschum, Haschbaddana, Zacharie ak Meschullam.
NEH 8:5 Esdras te ouvri liv la devan zye tout pèp la, paske li te kanpe pi wo ke tout pèp la. Lè li te ouvri li, tout pèp la te kanpe.
NEH 8:6 Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a. Tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè.
NEH 8:7 Anplis, Josué, Bani, Schérébia, Jamin, Akkub, Schabbethaï, Hodija, Maaséja, Kelitha, Azaria, Jozabad, Hanan, Pelaja, avèk Levit yo te eksplike lalwa a pèp la pandan pèp la te rete an plas.
NEH 8:8 Yo te li nan liv la, soti nan lalwa Bondye a, e te tradwi pou fè yo konprann, pou yo ta kab byen sezi sa ki te li a.
NEH 8:9 Néhémie, ki te gouvènè a ak Esdras, prèt la ak skrib, avèk Levit ki te enstwi pèp la, te di a tout pèp la: “Jou sa a sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Pa fè dèy, ni pa kriye.” Paske, tout pèp la t ap kriye lè yo te tande pawòl lalwa yo.
NEH 8:10 Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.”
NEH 8:11 Konsa, Levit yo te kalme tout pèp la, epi te di: “Rete kalm, paske jou a sen. Pa fè doulè.”
NEH 8:12 Tout pèp la te Soti pou manje, bwè e voye bay pòsyon pou selebre yon gwo fèt, akoz yo te konprann pawòl ke yo te fenk tande.
NEH 8:13 Nan dezyèm jou fèt la, tout chèf zansèt a tout pèp la, prèt yo ak Levit yo te rasanble kote Esdras, skrib la, pou yo ta kab ranmase konesans nan pawòl lalwa yo.
NEH 8:14 Yo te twouve ekri nan lalwa a jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse ke fis Israël yo ta dwe viv nan tonèl pandan fèt setyèm mwa a.
NEH 8:15 Konsa, yo te fè pwoklamasyon an, e te pwoklame li nan tout vil pa yo ak Jérusalem. Yo te di: “Ale deyò vè ti mòn yo e pote branch oliv yo, avèk branch oliv mawon yo, branch bwa bazilik yo, branch palmis yo, avèk branch nan lòt kalite bwa ak fèy, pou fè tonèl yo, jan sa ekri a.”
NEH 8:16 Pou sa, pèp la te sòti e te pote yo pou fè tonèl yo pou yo menm, chak nan twati pla anwo kay pa yo, oswa nan lakou yo, nan lakou lakay Bondye a, nan plas kote Pòtay Dlo a, e nan plas kote Pòtay Ephraïm nan.
NEH 8:17 Tout asanble a sila ki te retounen soti an kaptivite yo te fè tonèl yo, e te rete ladann yo. Fis Israël yo, anverite, pa t konn fè sa depi nan jou a Josué yo, fis a Nun nan, jis rive nan jou sa a. Epi te gen gwo rejwisans.
NEH 8:18 Li te li soti nan liv lalwa a chak jou, soti nan premye jou a, jis rive nan dènye jou a. Yo te selebre fèt la pandan sèt jou, e nan uityèm jou a, te gen yon asanble solanèl selon òdonans lan.
NEH 9:1 Alò, nan venn-katriyèm jou nan mwa sa a, fis Israël yo te rasanble fè jèn abiye ak twal sak ak tè yo mete sou yo.
NEH 9:2 Desandan Israël yo te separe yo soti nan tout etranje yo, e te kanpe pou konfese peche pa yo avèk inikite a papa zansèt yo.
NEH 9:3 Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a.
NEH 9:4 Alò, sou etaj, Levit yo te kanpe Jousé, Bani, Dadmiel, Schebania, Bunni, Schérébia, Bani avèk Kenani. Yo t ap kriye ak vwa fò anlè a SENYÈ a, Bondye yo a.
NEH 9:5 Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki se leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni.
NEH 9:6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl de syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.
NEH 9:7 Ou se SENYÈ a, ki te chwazi Abram nan, e ki te fè l sòti nan Ur a Kaldeyen yo, ki te bay li non Abraham.
NEH 9:8 Ou te twouve kè li fidèl devan Ou, epi te fè yon akò avèk li, pou bay li tout tè a Canaan yo, a Etyen yo avèk Amoreyen yo, a Ferezyen yo, Jebizyen yo, avèk Girezyen yo, pou livre bay li a desandan pa li yo. Konsa, Ou te akonpli pwomès Ou te fè a, paske Ou jis.
NEH 9:9 Ou te wè afliksyon a zansèt nou yo an Egypte, epi te tande kri yo akote Lanmè Wouj.
NEH 9:10 Ou te fè sign ak mèvèy kont Farawon, kont tout sèvitè li yo avèk moun a peyi li yo, paske Ou te konnen ke yo te aji avèk awogans kont yo, epi te fè yon non pou tèt Ou ki dire jis rive jodi a.
NEH 9:11 Ou te divize lanmè a devan yo. Konsa yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch. Epi sila ki te kouri dèyè yo te jete nan fon, tankou yon wòch nan dlo anraje.
NEH 9:12 Avèk yon pilye nwaj, Ou te mennen pèp la pandan lajounen, e avèk yon pilye dife pandan lannwit, pou limen chemen yo sou sila yo ta dwe mache yo.
NEH 9:13 Anplis, Ou te desann sou Mon Sinaï, e te pale avèk yo soti nan syèl la. Ou te bay yo òdonans ki jis avèk lalwa ki te vrè, bon règleman avèk bon kòmandman yo.
NEH 9:14 Konsa, Ou te fè yo rekonèt Saba sen Ou an, epi te byen poze pou yo, kòmandman yo, règleman yo, avèk lalwa yo pa sèvitè Ou, Moïse.
NEH 9:15 Ou te founi pen soti nan syèl la pou grangou yo, epi Ou te mennen dlo soti nan yon wòch pou yo menm, pou swaf yo, epi Ou te di yo antre ladann nan peyi ke Ou te sèmante pou bay yo pou posede a.
NEH 9:16 Men yo menm, zansèt nou yo, te aji avèk awogans. Yo te fè tèt di, epi te refize koute kòmandman Ou yo.
NEH 9:17 Yo te refize koute e yo pa t sonje mèvèy ke Ou te fè pami yo. Konsa, yo te vin tèt di, e te chwazi yon chèf ki pou mennen yo retounen an esklavaj yo an Egypte. Men Ou se yon Bondye ki padone, plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous. Ou pa t abandone yo.
NEH 9:18 Menm lè yo te fè pou kont yo yon ti bèf an metal fonn, yo te di: ‘Sa se Bondye nou, ki te mennen nou monte soti an Egypte la’, epi te fè gran blasfèm,
NEH 9:19 Ou menm, nan gran mizerikòd Ou, pa t abandone yo nan dezè. Pilye nwaj la pa t kite yo pandan lajounen, pou gide yo nan chemen yo, ni pilye dife a pandan lannwit, pou klere pou yo chemen an, e montre yo direksyon ke yo dwe ale.
NEH 9:20 Ou te bay bon lespri pa Ou pou enstwi yo. Lamàn Ou, Ou pa t refize fè antre nan bouch yo. Ou te bay yo dlo pou lè yo te swaf.
NEH 9:21 Anverite, pandan karantan, Ou te fè pwovizyon pou yo nan dezè a, e yo pa t manke anyen. Rad yo pa t epwize, ni pye yo pa t anfle.
NEH 9:22 Anplis, Ou te bay yo wayòm yo avèk pèp yo, epi te divize bay yo tout selon pòsyon pa yo. Yo te pran posesyon a peyi Sihon, wa a Hesbon an ak peyi Og, wa Basan an.
NEH 9:23 Ou te fè fis pa yo vin anpil kon zetwal syèl yo, epi Ou te mennen yo antre nan peyi ke Ou te mande zansèt pa yo antre pou posede a.
NEH 9:24 Pou sa, fis pa yo te antre pou posede peyi a. Epi Ou te fè moun peyi a Canaan yo soumèt devan Ou. Konsa, Ou te livre yo nan men yo, avèk wa yo ak pèp peyi a, pou fè avèk yo sa yo te pito.
NEH 9:25 Yo te kaptire vil fòtifye yo, avèk tèren byen fètil yo. Yo te vin posede kay plen avèk tout bon bagay, sitèn ki fin fouye, chan rezen, chan doliv avèk pye fwi an kantite. Konsa, yo te manje, te vin plen, epi te vin gra, e te pran plezi nan gran bonte Ou.
NEH 9:26 Men yo te tanmen dezobeyi, epi te fè rebèl kont Ou. Yo te jete lalwa pa Ou dèyè do yo, e te touye pwofèt Ou yo ki te bay yo avètisman pou yo ta retounen kote Ou, epi yo te komèt gwo blasfèm.
NEH 9:27 Pou sa, Ou te livre yo nan men a opresè yo ki te oprime yo. Men lè yo te kriye a Ou menm nan tan gwo twoub yo, Ou te tande soti nan syèl la, epi pa gran lanmou dous Ou, Ou te bay yo chèf liberatè yo, ki te delivre yo nan men a opresè yo.
NEH 9:28 Men soti lè yo te fin jwenn repo a, yo te fè mal ankò devan Ou. Pou sa, Ou te abandone yo nan men a lènmi yo, jiskaske yo te renye sou yo. Lè yo te kriye ankò a Ou menm, Ou te tande Soti nan syèl la, epi anpil fwa Ou te fè yo chape akoz gran lanmou dous Ou,
NEH 9:29 epi te fè temwen kont yo pou fè yo retounen kote lalwa Ou. Sepandan, yo te aji avèk awogans e pa t Koute kòmandman Ou yo, men te peche kont òdonans Ou yo, selon sila yo, si yon nonm ta swiv yo, li ta viv. Men yo te vire yon do byen di, yo te fè tèt di, epi te refize koute.
NEH 9:30 Malgre sa, Ou te sipòte yo pandan anpil ane, epi te avèti yo pa Lespri Ou, pa pwofèt Ou yo. Sepandan, yo te refize bay zòrèy yo. Akoz sa, Ou te livre yo nan men a pèp nasyon yo.
NEH 9:31 Men nan gran mizerikòd Ou, Ou pa t fini ak yo, ni abandone yo, paske Ou menm se yon Bondye gras avèk mizerikòd.
NEH 9:32 Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a.
NEH 9:33 Sepandan, Ou jis nan tout sa ki vin rive nou; paske Ou te aji avèk fidelite, men nou te aji mal.
NEH 9:34 Paske wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t kenbe lalwa Ou yo, ni okipe kòmandman Ou yo avèk avètisman Ou yo avèk sila Ou te avèti yo.
NEH 9:35 Men yo, malgre nan pwòp wayòm pa yo ke Ou te bay yo, pa t sèvi Ou, ni kite zak mechan yo.
NEH 9:36 Gade byen, nou vin esklav yo jodi a, epi pou tèren ke Ou te bay a zansèt Nou yo, pou manje fwi avèk bonte li, Gade byen, nou vin esklav ladan yo.
NEH 9:37 Gran rekòlt li bay vin pou wa yo ke Ou te fin mete sou nou akoz peche nou yo. Anplis, yo renye sou kò nou epi sou bèt nou yo, jan yo pito; pou sa a, nou nan gran pwoblèm.
NEH 9:38 Alò, akoz tout sa, nou ap fè yon akò ki si, ki ekri; epi dokiman an sele, pa Chèf nou yo, Levit nou yo ak prèt nou yo.”
NEH 10:1 Alò, sou dokiman sele a te gen non a: Néhémie, gouvènè a, fis a Hacalia a ak Sédécias,
NEH 10:2 Seraja, Azaria, Jérémie,
NEH 10:3 Paschhur, Amaria, Malkija,
NEH 10:4 Hattusch, Schebania, Mallue,
NEH 10:5 Harim, Merémoth, Abdias,
NEH 10:6 Daniel, Guinnethon, Baruc,
NEH 10:7 Meschullam, Abija, Mijamin,
NEH 10:8 Maazia, Bilgaï, Schemaeja. Sila yo se te prèt yo.
NEH 10:9 Epi Levit yo: Josué, fis a Azania a, Binnuï, nan fis a Hénadad yo, Kadmiel,
NEH 10:10 anplis frè pa yo, Schebania, Hodija, Kelitha, Pelaja, Hanan,
NEH 10:11 Michée, Rehob, Haschabia,
NEH 10:12 Zaccur, Schérébia, Schebania,
NEH 10:13 Hodija, Bani, Beninu.
NEH 10:14 Chèf a pèp yo: Pareosch, Pachath-Moab, Élam, Zatthu, Bani,
NEH 10:15 Bunni, Azgad, Bébaï,
NEH 10:16 Adonija, Bigvaï, Adin,
NEH 10:17 Ather, Ézéchias, Azzur,
NEH 10:18 Hodija, Haschum, Betsaï
NEH 10:19 Hariph, Anathoth, Nébaï,
NEH 10:20 Magpiash, Meschullam, Hézir,
NEH 10:21 Meschézabeel, Tsadok, Jaddua,
NEH 10:22 Pelathia, Hanan, Anaja,
NEH 10:23 Hosée, Hanania, Haschub,
NEH 10:24 Hallochesch, Pilcha, Schobek,
NEH 10:25 Rehum, Haschabna, Maaséja,
NEH 10:26 Achija, Hanan, Anan,
NEH 10:27 Malluc, Harim, Baana.
NEH 10:28 Alò, tout lòt moun nan pèp la, prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, sèvitè tanp yo ak tout sila ki te separe yo menm soti nan pèp peyi yo pou lalwa Bondye pa yo, madanm pa yo, fis yo ak fi yo, tout sila ki te gen konesans avèk bon konprann yo,
NEH 10:29 t ap reyini ansanm avèk moun fanmi yo, chèf pa yo e t ap pran sou yo menm, sou nivo madichon, yon sèman, pou mache nan lalwa Bondye, ki te bay pa Moïse la, Sèvitè Bondye a, e pou kenbe ak obeyi tout kòmandman a Bondye yo, SENYÈ nou an, avèk òdonans Li yo avèk règleman Li yo;
NEH 10:30 epi pou nou pa bay fi nou yo a pèp peyi a, ni pran fi pa yo pou fis nou yo.
NEH 10:31 Epi selon pèp peyi a ki konn vini avèk machandiz avèk manje pou vann nan Saba a, nou p ap achte nan men yo nan Saba a ni nan okenn jou sen. Anplis, nou va lese rekòlt yo nan setyèm ane a, ansanm avèk koleksyon a tout dèt.
NEH 10:32 Ankò, nou plase pwòp tèt nou anba obligasyon pou fè kontribisyon yon tyè sik chak ane pou sèvis lakay Bondye nou an:
NEH 10:33 pou pen konsakre, ofrann sereyal ki pa janm fini, ofrann brile ki pa janm fini, Saba yo, nouvèl lin, pou lè chwazi yo, pou bagay sen yo e pou ofrann peche pou fè ekspiyasyon pou peche Israël yo ak tout travay lakay Bondye nou an.
NEH 10:34 Menm jan an, nou te tire osò pou founi depo bwa pou prèt yo, Levit yo ak pèp la pou yo ta kab mennen li lakay Bondye a, selon lakay zansèt papa nou yo, nan lè ki te etabli nan ane a, pou brile sou lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa a;
NEH 10:35 epi pou yo ta kab pote premye fwi tè yo avèk premye fwi a tout fwi a tout pyebwa yo, lakay SENYÈ a chak ane,
NEH 10:36 epi pote lakay Bondye nou an, premye ne a fis nou yo ak bèf nou yo e premye ne nan bann mouton avèk twoupo nou yo, jan sa ekri nan lalwa a, pou prèt ki ap sèvi lakay Bondye nou an.
NEH 10:37 E ke nou va, osi, pote premye nan pat farin nou yo, kontribisyon nou yo, fwi a tout pyebwa, diven nèf avèk lwil pou prèt yo nan chanm lakay Bondye nou an ak dim tè nou pou Levit yo; paske se Levit yo ki resevwa dim nan tout vil andeyò yo.
NEH 10:38 Prèt la, fis a Aaron an, va avèk Levit yo lè Levit yo resevwa dim yo, e Levit yo va pote yon dizyèm nan dim pa yo vè lakay Bondye nou an, pou l antre nan chanm depo yo.
NEH 10:39 Paske, fis Israël yo avèk fis Lévi yo va pote don sereyal la, diven nèf la ak lwil la nan chanm yo. La se zouti a sanktyè yo, prèt k ap fè sèvis yo, gadyen pòtay yo, ak chantè yo. Konsa, nou p ap neglije lakay Bondye nou an.
NEH 11:1 Alò, chèf a pèp yo te rete Jérusalem, men rès pèp la te tire osò pou fè youn nan dis Izrayelit andeyò yo vin rete Jérusalem, nan vil sen an, pandan nèf sou dis te rete nan lòt vil yo.
NEH 11:2 Pèp la te beni tout mesye ki te pa volonte yo, vin rete Jérusalem yo.
NEH 11:3 Alò, sila yo se chèf an tèt pwovens ki te vin rete Jérusalem yo; men nan vil a Juda yo, chak moun te rete sou pwòp tèren pa l nan vil pa yo—Izrayelit yo, prèt yo, Levit yo, sèvitè tanp yo ak desandan a sèvitè Salomon yo.
NEH 11:4 Kèk nan fis a Juda yo avèk kèk nan fis a Benjamin yo te rete Jérusalem. Soti nan fis Juda yo: Athaja, fis a Ozias la, fis a Zacharie, fis Amaria, fis Schephathia, fis a Mahalaleel, fis a Pérets yo;
NEH 11:5 epi Maaséja, fis a Barue, fis a Col-Hozé, fis a Hazaja, fis a Adaja a, fis a Jojarib, fis a Zacharie, fis a Schiloni.
NEH 11:6 Total fis a Pérets ki te etabli Jérusalem yo te kat-san-swasann-tuit mesye de gran kouraj.
NEH 11:7 Men fis a Benjamin yo: Sallu, fis a Meschullam nan, fis a Joëd la, fis a Pedaja, fis a Kolaja a, fis a Maaséja a, fis a Ithiel la, fis a Ésaïe a.
NEH 11:8 Epi apre li, Gabbaaï avèk Sallaï, nèf-san-venn-tuit.
NEH 11:9 Joël, fis a Zicri a, te chèf yo; epi Juda, fis a Senua a, se te douzyèm chèf lavil la.
NEH 11:10 Soti nan prèt yo: Jedaeja, fis a Jojarib la, Jakin,
NEH 11:11 Seraja, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, ki te dirije lakay Bondye,
NEH 11:12 epi fanmi yo ki te fè travay tanp lan, ui-san-venn-de; epi Adaja, fis a Jerocham nan, fis a Pelalia a, fis a Amtsi a, fis a Zacharie a, fis a Paschhur la, fis a Malkija a,
NEH 11:13 epi fanmi yo, chèf lakay papa zansèt yo, de-san-karann-de; epi Amaschasaï, fis a Azareel la, fis a Achazaï a, fis a Meschillémoth la, fis a Immer la,
NEH 11:14 avèk frè pa yo, mesye ki plen kouraj, san-venn-tuit. Zabdiel, fis a Guedolim nan, se te chèf yo.
NEH 11:15 Alò, soti nan Levit yo: Schemaeja, fis a Haschub la, fis a Azrikam nan, fis a Haschabia a, fis a Bunni an;
NEH 11:16 Schabbethaï avèk Jozabad soti nan dirijan Levit yo, ki te sipèvize travay deyò nan lakou lakay Bondye a;
NEH 11:17 epi Matthania, fis a Michée a, fis a Zabdi a, fis Asaph ki te responsab ouvri avèk remèsiman a Bondye nan lapriyè a, Bakbukia, dezyèm pami frè li yo e Abda, fis a Schammua a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan.
NEH 11:18 Tout Levit yo nèt nan lavil sen an se te de-san-katre-ven-kat.
NEH 11:19 Anplis, gadyen pòtay yo, Akkub, Thalmon, avèk frè parèy yo ki te okipe pòtay yo te san-swasann-douz.
NEH 11:20 Tout lòt Israël, pami prèt yo ak Levit yo te nan lòt vil Juda yo, yo chak sou pwòp eritaj pa yo.
NEH 11:21 Men sèvitè tanp yo te rete nan ti mòn Ophel la, e Tsicha avèk Guischpa te chèf a sèvitè tanp yo.
NEH 11:22 Chèf Levit Jérusalem yo te Uzzi, fis a Bani an, fis a Haschabia a, fis a Matthania a, fis a Michée a, pami fis Asaph, ki te chantè pou sèvis lakay Bondye a.
NEH 11:23 Paske te gen lòd ki sòti nan wa a de yo menm, ak yon règ manje pou sila ki te dirije chante yo jou apre jou yo.
NEH 11:24 Pethachja, fis a Meschézabeel la, nan fis a Zérach yo, fis a Juda a, te reprezante wa a nan tout bagay ki te konsène pèp la.
NEH 11:25 Selon vil yo avèk chan pa yo, kèk nan fis a Juda yo te rete Kirjath-Arba avèk bouk pa li yo, nan Dibon avèk landwa ki antoure li a, e Jekabtseel avèk bouk ki te antoure li yo.
NEH 11:26 A Jéschua, a Molada, a Beth-Paleth,
NEH 11:27 a Hatsar-Schual, a Beer-Schéba avèk bouk pa li yo,
NEH 11:28 ak Tsiklag, a Mecona, avèk bouk pa li yo,
NEH 11:29 a En-Rimmon, a Tsorea, a Jarmuth,
NEH 11:30 a Zanoach, a Adullam ak bouk li yo, Lakis avèk anviwon li, Azéka avèk bouk pa li yo. Konsa, yo te fè anplasman yo soti Beer-Schéba jis rive nan vale Hinnom an.
NEH 11:31 Anplis, fis a Benjamin yo te rete soti Guéba ale nèt, a Micmasch, a Ajja, a Béthel, avèk bouk pa li yo,
NEH 11:32 a Anathoth, a Nob, a Hanania,
NEH 11:33 a Hatsor, a Rama, a Guithaïm,
NEH 11:34 a Hadid, a Tseboïm, a Neballath,
NEH 11:35 a Lod avèk Ono, vale a ouvriye yo.
NEH 11:36 Soti nan Levit yo, kèk nan divizyon Juda yo te rete nan landwa Benjamin an.
NEH 12:1 Alò, sila yo se te prèt avèk Levit ki te monte avèk Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué: Seraja, Jérémie, Esdras,
NEH 12:2 Amaria, Malluc, Hattusch,
NEH 12:3 Schecania, Rehum, Merémoth,
NEH 12:4 Iddo, Guinnethoï, Abija,
NEH 12:5 Mijamin, Maadia, Bilga,
NEH 12:6 Schemaeja, Jojarib, Jedaeja.
NEH 12:7 Sallu, Amok, Hilkija, Jedaeja. Sila yo te chèf prèt yo avèk fanmi pa yo nan tan Josué a.
NEH 12:8 Levit yo te Josué, Binnuï, Kadmiel, Schérébia, Juda, Matthania, ki, avèk frè li yo, te dirije chan remèsiman yo.
NEH 12:9 Anplis Bakbukia avèk Unni, frè pa yo ki te kanpe anfas yo nan divizyon sèvis yo.
NEH 12:10 Josué te vin papa a Jojakim, Jojakim te fè Éliaschib, Éliaschib te fè Jojada,
NEH 12:11 Jojada te fè Jonathan e Jonathan te fè Jaddua.
NEH 12:12 Alò, nan tan Jojakim, prèt yo, chèf an tèt lakay zansèt papa yo te pou Seraja, Meraja, e pou Jérémie, Hanania;
NEH 12:13 Pou Esdras, Meschullam; pou Amaria, Jochanan;
NEH 12:14 pou Meluki, Jonathan; pou Schebvania, Jospeh;
NEH 12:15 pou Harim, Adna; pou Merajoth, Helkaï;
NEH 12:16 pou Iddo, Zacharie; pou Guinnethon, Meschullam;
NEH 12:17 pou Abija, Zicri; pou Minjamin avèk Moadia, Pilthaï;
NEH 12:18 pou Bilga, Schammua; pou Schemaeja, Jonathan;
NEH 12:19 pou Jojarib, Matthnaï; pou Jedaeja, Uzzi;
NEH 12:20 pou Sallaï, Kallaï; pou Amok, Éber;
NEH 12:21 pou Hilkija, Haschabla; pou Jedaeja, Nathanaël.
NEH 12:22 Epi pou Levit yo, chèf an tèt lakay papa zansèt pa yo te anrejistre nan jou a Éliaschib yo, Jojada, avèk Jochanan ak Jaddua; konsa yo te sèvi kon prèt nan règn Darius, Perse la.
NEH 12:23 Fis a Lévi yo, chèf an tèt lakay papa zansèt yo, te anrejistre nan Liv A Kwonik yo jis rive nan tan Jochanan, fis Éliaschib la.
NEH 12:24 Chèf an tèt a Levit yo te Haschabia, Schérébia e Josué, fis a Kadmiel la, avèk frè pa yo anfas yo, pou bay lwanj avèk remèsiman, jan sa te preskri pa David, nonm Bondye a, divizyon ki te koresponn ak divizyon.
NEH 12:25 Matthania, Bakbukia, Abdias, Meschullam, Thalmon avèk Akkub, te gadyen pòtay ki te responsab veye depo pòtay yo.
NEH 12:26 Sila yo te sèvi nan jou a Jojakim yo, fis a Josué a, fis a Jotsadak la e nan jou a Néhémie yo, gouvènè a, avèk Esdras, prèt la ak skrib.
NEH 12:27 Alò, nan dedikasyon miray Jérusalem nan, yo te chache twouve Levit soti nan tout plas yo pou mennen yo Jérusalem pou yo ta kab selebre dedikasyon an avèk jwa, avèk lwanj kè kontan, avèk chan avèk senbal, ap ak lenstriman a kòd yo.
NEH 12:28 Konsa, fis a chantè yo te rasanble soti nan distri ki te antoure Jérusalem nan e soti nan vilaj a Netofatyen yo,
NEH 12:29 soti Beth-Guilgal, avèk chan nan Guéba avèk Azmavet, paske chantè yo te fin bati pou kont yo vilaj nan anviwon Jérusalem yo.
NEH 12:30 Prèt yo avèk Levit yo te pirifye tèt yo; anplis, yo te pirifye pèp la, pòt yo avèk miray la.
NEH 12:31 Konsa, mwen te fè dirijan a Juda yo vin monte sou miray la, e mwen te chwazi de gran gwoup koral premye ki t ap sòti sou bò dwat anlè miray la vè Pòtay Kolin Fimye a.
NEH 12:32 Hosée avèk mwatye nan dirijan Juda yo te swiv yo,
NEH 12:33 avèk Azaria, Esdras, Meschullam,
NEH 12:34 Juda, Benjamin, Schemaeja, avèk Jérémie,
NEH 12:35 epi kèk nan fis a prèt yo avèk twonpèt yo: Zacharie, fis a Jonathan an, fis a Schemaeja a, fis a Matthania a, fis a Michée a, fis a Zaccur la, fis a Asaph la;
NEH 12:36 avèk fanmi li yo, Schemaeja, Azaneel, Juda ak Hanani, avèk enstriman mizik a David yo, nonm Bondye a. Epi Esdras, skrib la, te ale devan yo.
NEH 12:37 Nan Pòtay Sous Bwote a, yo te monte tou dwat sou eskalye lavil David la toupre eskalye miray la anwo lakay David la, pou rive nan Pòtay Dlo a vè lès.
NEH 12:38 Dezyèm koral la te ale vè goch, pandan mwen t ap swiv yo avèk mwatye pèp la sou miray la, anwo Tou Founo yo, rive nan Gran Miray la.
NEH 12:39 Epi anwo Pòtay Éphraïm nan, kote Pòtay ansyen an, kote Pòtay Pwason an, Fò Hananeel la ak fò a dè Santèn yo, jis rive nan Pòtay Mouton yo; epi yo te rete kanpe nan Pòtay Gad la.
NEH 12:40 Epi de koral yo te kanpe nan pozisyon yo lakay Bondye a, e mwen menm tou, avèk mwatye ofisye ki te avè m yo;
NEH 12:41 epi prèt yo, Éliakim, Maaséja, Minjamin, Michée, Eljoénaï, Zacharie, Hanania, avèk twonpèt yo;
NEH 12:42 epi Maaséja, Schemaeja, Éléazar, Uzzi, Jochanan, Malkija, Élam ak Ézer. Epi chantè yo te chante avèk Jizrachja, dirijan pa yo a,
NEH 12:43 Nan jou sa a, yo te ofri gran sakrifis e te rejwi paske Bondye te bay yo gwo lajwa. Fanm yo ak timoun yo tou te rejwi, jiskaske lajwa Jérusalem nan te tande byen lwen.
NEH 12:44 Anplis, nan jou sa a, mesye yo te chwazi kon responsab sou chanm depo yo, kontribisyon yo, premye fwi yo, ak dim yo, pou ranmase yo antre soti nan chan nan vil yo, pòsyon ki te mande pa lalwa a pou prèt ak Levit yo; paske Juda te rejwi de prèt avèk Levit ki te fè sèvis yo.
NEH 12:45 Paske, yo te akonpli devwa Bondye yo a, avèk sèvis pirifikasyon an, ansanm avèk chantè yo ak gadyen pòtay yo an akò avèk lòd David avèk fis li a, Salomon.
NEH 12:46 Paske nan jou a David avèk Asaph yo, nan tan ansyen an, te gen dirijan pou chantè yo ak chan adorasyon yo, e kantik remèsiman a Bondye.
NEH 12:47 Konsa, tout Israël nan jou Zorobabel avèk Néhémie yo te bay pòsyon ki te dwe fèt pou chantè yo avèk gadyen pòtay yo kon chak jou te mande a, e te mete apa pòsyon ki te konsakre a Levit yo; epi Levit yo te mete apa pòsyon ki te konsakre pou fis Aaron yo.
NEH 13:1 Nan jou sa a, yo te li soti nan liv Moïse la, nan tande a pèp la, epi li te twouve ekri ladann ke ni Amonit ni Moabit pa ta janm dwe antre nan asanble Bondye a,
NEH 13:2 paske yo pa t rankontre fis Israël yo avèk pen avèk dlo, men te anplwaye Balaam kont yo pou bay yo madichon. Men Bondye nou an te vire madichon an fè l vin benediksyon.
NEH 13:3 Pou sa, lè yo te tande lalwa a, yo te mete tout etranje yo deyò Israël.
NEH 13:4 Alò, avan sa a, Éliaschib, prèt la, ki te chwazi dirijan nan chanm lakay Bondye yo, ki te fè alyans ak Tobija,
NEH 13:5 te prepare yon gran chanm pou li, nan kote a ki oparavan te konn sèvi pou depo ofrann sereyal yo, lansan an, zouti ak dim sereyal yo, diven avèk lwil ki te pou Levit yo, chantè yo, ak gadyen pòtay yo, avèk kontribisyon balanse an lè, ki te pou prèt yo.
NEH 13:6 Men pandan tout tan sa a, mwen pa t la Jérusalem, paske nan trann-dezyèm ane Artaxerxès la, wa a Babylone nan, mwen te deja ale kote wa a. Men apre kèk tan, mwen te mande pèmisyon a wa a pou m sòti,
NEH 13:7 epi mwen te rive Jérusalem e te vin aprann mal ke Éliaschib te fè pou Tobija a, lè l te prepare yon chanm pou li nan lakou lakay Bondye a.
NEH 13:8 Sa te fè m pa kontan anpil. Konsa, mwen te jete tout bagay Tobija yo deyò chanm nan.
NEH 13:9 Epi mwen te pase lòd, e yo te netwaye chanm yo. Mwen te remete la zouti lakay Bondye yo avèk ofrann sereyal la ak lansan an.
NEH 13:10 Anplis, mwen te dekouvri ke pòsyon Levit yo pa t konn bay a yo menm ki te fè Levit yo avèk chantè yo ki te pèfòme nan fè sèvis yo, ale; yo chak nan pwòp chan pa l.
NEH 13:11 Konsa, mwen te repwoche responsab yo. Mwen te di: “Poukisa lakay Bondye a abandone?” Mwen te reyini yo ansanm e te fè yo reprann pòs yo.
NEH 13:12 Konsa ankò, tout Juda te pote dim sereyal la, diven an avèk lwil la, antre nan kay depo yo.
NEH 13:13 Kon responsab pou kay depo yo, mwen te chwazi Schélémia, prèt la, Tsadok, skrib la, avèk Pedaja a Levit yo: epi akote sila yo, Hanan, fis a Zaccur la, fis a Matthania a; paske yo te konsidere kon moun serye e se te tach pa yo pou separe bay a frè yo.
NEH 13:14 Sonje mwen pou sa, O Bondye mwen, e pa efase zèv fidèl ke m te fè pou lakay Bondye mwen an ak sèvis mwen te fè pou li a.
NEH 13:15 Nan jou sa yo, mwen te wè nan Juda kèk moun ki t ap bat rezen nan Saba a, ki t ap fè antre sak sereyal yo, chaje yo sou bourik yo, ansanm avèk diven an, rezen yo, fig yo ak tout kalite chaj yo pou yo te pote yo antre Jérusalem nan jou Saba a. Pou sa, mwen te fè temwen kont yo nan jou ke yo t ap vann manje a.
NEH 13:16 Anplis, mesye Tyre yo te rete la e te enpòte pwason avèk tout kalite machandiz, ki te vann a fis Juda yo nan Saba a, menm nan Jérusalem.
NEH 13:17 Pou sa a mwen te bay repwòch a moun prensipal Juda yo epi te di yo: “Ki kalite mal nou ap fè la a, lè nou vin degrade jou Saba a?
NEH 13:18 Èske papa nou yo pa t fè menm bagay la, jiskaske Bondye nou an te fè rive nou avèk tout vil sa a tout twoub sa yo? Sepandan, nou ap ogmante kòlè sou Israël lè nou vin desann jou Saba a konsa.”
NEH 13:19 Li te vin rive ke lè l te fenk ap fènwa nan pòtay Jérusalem yo avan Saba a, mwen te pase lòd pou pòt yo ta fèmen e pou yo pa ta ouvri yo jiskaske Saba a te fini. Mwen te estasyone kèk nan sèvitè mwen yo nan pòtay yo pou okenn chaj pa t antre nan Saba a.
NEH 13:20 Youn oswa de fwa, machann a tout kalite machandiz te oblije pase nwit lan deyò Jérusalem.
NEH 13:21 Konsa mwen te avèti yo, epi te di yo: “Poukisa nou pase nwit lan devan miray la? Si nou fè sa ankò, m ap sèvi ak fòs kont nou.” Depi lè sa a jis ale nèt, yo pa t vini nan Saba a.
NEH 13:22 Mwen te pase lòd a Levit yo ke yo ta dwe pirifye tèt yo e vini tankou gadyen pòtay yo pou sanktifye jou Saba a. Pou sa, anplis, sonje mwen, O Bondye mwen e fè mwen mizerikòd, selon grandè lanmou dous Ou.
NEH 13:23 Anplis, nan jou sa yo, mwen te wè ke Jwif yo te konn marye ak fanm Ashdod yo, Ammon, avèk Moab yo.
NEH 13:24 Epi selon pitit yo, mwatye nan yo te pale langaj Ashdod la, e nanpwen menm nan yo ki te gen kapasite pou pale langaj Juda a, men pito langaj a pèp pa li a.
NEH 13:25 Pou sa, mwen te kanpe kont yo, mwen te bay yo madichon yo, te frape kèk nan yo, te rale cheve yo e te fè yo sèmante pa Bondye: “Ou p ap bay fi ou yo a fis pa yo, ni pran nan fi pa yo pou fis nou, ni pou nou menm.
NEH 13:26 Èske Salomon, wa Israël la, pa t peche nan bagay sa yo? Malgre, pami anpil nasyon yo, pa t gen wa tankou li, li te renmen pa Bondye li a, e Bondye te fè li wa sou tout Israël. Sepandan, fanm etranje yo te fè menm li menm nan fè peche.
NEH 13:27 Alò, èske nou tande de nou menm ke nou te komèt gran mal sila a, e te aji avèk enfidelite kont Bondye nou an nan fè maryaj avèk fanm etranje yo?”
NEH 13:28 Menm youn nan fis a Jojada yo, fis a Éliaschib la, wo prèt la, te bofis a Sanballat, Owonit lan, e pou sa, mwen te chase li lwen mwen.
NEH 13:29 Sonje yo, O Bondye mwen, akoz yo te degrade otorite a prèt la, avèk akò otorite prèt yo avèk Levit yo.
NEH 13:30 Konsa, mwen te pirifye soti nan tout bagay etranje yo e te chwazi devwa pou prèt yo ak Levit yo, yo chak nan pwòp tach pa yo;
NEH 13:31 epi pou ofrann founi bwa nan lè chwazi yo, ak pou premye fwi yo, sonje mwen, O Bondye mwen, pou sa ki bon.
EST 1:1 Alò li te vin rive nan tan Wa Assuérus la, menm Assuérus ki te renye soti Inde jis rive Éthiopie sou san-venn-sèt pwovens yo,
EST 1:2 nan jou sa yo, pandan wa Assuérus te chita sou twòn wayal li a ki te nan sitadèl Suse la,
EST 1:3 nan twazyèm ane pouvwa li a, li te fè yon gran fèt pou tout chèf li yo avèk asistan li yo, chèf lame Perse avèk Mèdes yo, moun prensipal lavil yo, avèk chèf pwovens li yo, tout moun ki te nan prezans li.
EST 1:4 Konsa li te montre tout richès avèk glwa wayal li yo, avèk mayifisans a gran majeste li pandan anpil jou, san-katre-ven jou.
EST 1:5 Lè jou sa yo te fin acheve, wa a te bay yon gwo bankè ki te dire pandan sèt jou pou tout moun ki te prezan nan sitadèl Suse la, soti nan sila ki pi pwisan an jis rive nan sila ki pi piti a, nan lakou jaden a palè wa a.
EST 1:6 Te gen bagay pann ki fèt an len fen blan e vyolèt ki te kenbe pa kòd fèt an len fen mov, wondèl an ajan avèk pilye an mèb. Devan yo te fèt an lò avèk ajan te plase sou yon pave mozayik ki fèt ak mab wouj, mab blan, gwo pèl klere avèk pyè presye.
EST 1:7 Bwason yo te sèvi nan veso an lò a plizyè kalite, e diven wayal la te anpil, selon bonte a wa a.
EST 1:8 Jan yo te bwè se te selon lalwa, san fòse moun, paske wa a te pase lòd a chak ofisye a chak kay ke li ta dwe fè sa selon dezi a chak moun.
EST 1:9 Anplis, Larenn Vasthi te bay yon bankè pou fanm nan palè ki te pou Wa Assuérus la.
EST 1:10 Nan setyèm jou a, lè kè a wa a te kontan ak diven, li te bay lòd a Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, Abagtha, Zéthar, avèk Carcas, sèt enik ki te sèvi wa Assuérus,
EST 1:11 pou mennen fè parèt nan prezans li, rèn nan, Vasthi, avèk kouwòn wayal la, pou montre bèlte li a pèp la e a moun pwisan yo, paske li te tèlman bèl.
EST 1:12 Men rèn Vasthi te refize vini sou lòd a wa a, ki te livre pa enik yo. Konsa, wa a te vin byen fache e lakòlè te brile anndan l.
EST 1:13 Alò, wa a te mande a mesye saj ki te konprann tan yo—paske se te koutim a wa a pou pale devan tout sila ki te konprann lalwa a avèk jistis;
EST 1:14 epi te gen toupre li: Carschena, Schéthar, Admatha, Tarsis, Mérés, Marsena, Memucan, sèt chèf de Perse avèk Médie yo, ki te gen abitid antre nan prezans a wa a, e te chita nan premye plas nan wayòm nan—
EST 1:15 “Selon lalwa a, se kisa ki ta dwe fèt avèk rèn Vasthi, akoz li pa t obeyi lòd a Wa Assuérus ki te livre pa enik yo?”
EST 1:16 Nan prezans a wa a avèk chèf yo, Memucan te di: “Rèn Vasthi te fè tò a wa a, men anplis tout moun nan pwovens a Wa Assuérus yo.
EST 1:17 Paske, si kondwit a rèn nan vin rekonèt a tout fanm yo pou fè yo vin gade mari yo avèk mepriz, epi vin di: ‘Wa Assuérus te kòmande rèn Vasthi pou parèt devan l, men li pa t vini.’
EST 1:18 Nan jou sa a, fanm a Perse avèk Médie ki te tande afè kondwit rèn nan, va pale tout chèf a wa a nan menm fason an, e va genyen anpil mepriz avèk mekontantman.
EST 1:19 “Si sa fè wa a kontan, kite yon dekrè wayal sòti nan li, e kite li ekri nan lalwa a Perse avèk Médie a, pou l pa kab ranvèse, ke Vasthi p ap kab ankò antre nan prezans a Wa Assuérus la. E konsa, kite wa a bay pozisyon wayal pa li a, a yon lòt moun ki pi merite l pase li.
EST 1:20 Lè dekrè ke a wa a va fè a tande nan tout wayòm li an, ki tèlman gran, alò tout fanm va gen respè a mari yo, kit gran, kit piti.”
EST 1:21 Pawòl sa a te fè wa a kontan, avèk chèf yo, epi wa a te fè kon Memucan te pwopoze a.
EST 1:22 Konsa, li te voye lèt a tout pwovens a wa yo, a chak pwovens selon ekriti pa li, e a chak pèp selon langaj pa yo, ke tout mesye yo ta dwe mèt nan pwòp kay pa yo, e sila te pale nan lang a pwòp pèp li.
EST 2:1 Apre bagay sa yo, lè kòlè a Wa Assuérus te vin kalme, li te sonje Vasthi ak sa li te fè a, e dekrè ki te fèt kont li an.
EST 2:2 Alò, asistan a wa a ki te sèvi li yo, te di: “Annou fè rechèch pou jwenn jenn vyèj ki byen bèl pou wa a.
EST 2:3 Kite wa a apwente sipèvizè nan tout pwovens a wayòm li yo pou yo kab rasanble tout bèl vyèj pou vin parèt nan sitadèl Suse la, antre nan kay fanm a wa a ki sou kontwòl Hégué a, enik a wa a, ki an chaj fanm yo. Kite yo byen prepare ak tout bagay pou fè yo bèl yo.
EST 2:4 Alò, kite jenn fi ki bay wa a plezi a, vin regne la nan plas a Vasthi a.” Koze a te fè wa a kontan e se konsa li te fè l.
EST 2:5 Te gen nan sitadèl Suse la, yon Jwif ki te rele Mardochée, fis a Jaïr, fis a Schimeï, fis a Kis, yon Benjamit,
EST 2:6 ki te ale an egzil soti Jérusalem avèk kaptif ki te ekzile avèk Jeconia yo, wa Juda ke Nebudkanetsar, wa Babylone nan, te fè ekzile a.
EST 2:7 Li t ap elve Hadassa, sa vle di, Esther, fi a tonton li an, paske li pa t gen papa ni manman. Alò, jenn demwazèl la te byen bèl sou fòm ni figi li e lè papa li avèk manman li te mouri, Mardochée te pran li kon pwòp fi pa li.
EST 2:8 Konsa, li te vin rive ke lè kòmand avèk dekrè a wa a te tande e anpil jèn fi te ranmase nan sitadèl Suse la sou sipèvizyon a Hégaï, ke Esther te pran pou antre nan palè a wa a, anba sipèvizyon a Hégaï, ki te responsab fanm yo.
EST 2:9 Alò, jèn fi a te fè l plezi e te twouve favè devan l. Pou sa, li te bay li tout atik twalèt avèk manje san fè reta, e li te ba li sèt sèvant de chwa nan palè a wa a, e te voye li avèk sèvant li yo nan pi bon kote pami fanm a wa yo.
EST 2:10 Esther pa t fè pèsòn konnen ras pèp li a ni fanmi li yo, paske Mardochée te enstwi li pou li pa ta dwe fè sa rekonèt.
EST 2:11 Chak jou, Mardochée te mache ale retou devan lakou fanm a wa yo pou vin aprann jan Esther te ye ak jan afè l t ap mache.
EST 2:12 Alò, lè chans a chak jèn demwazèl te vin rive pou antre kote wa Assuérus la, lè l te fin fè preparasyon douz mwa anba règleman pou fanm yo—paske jou pou konplete preparasyon bèlte yo te fini konsa: si mwa avèk lwil lami an, e si mwa avèk aplikasyon epis ak pafen pou fanm—
EST 2:13 Men kòman jèn fi a ta antre kote wa a: nenpòt bagay ke li te dezire, ta bay a li menm pou pran avè l soti lakay fanm yo pou rive nan palè a wa a.
EST 2:14 Nan aswè, li ta ale ladann e nan maten, li ta retounen nan dezyèm kay fanm yo, sou responsabilite Schaaschgaz, enik a wa a ki te an chaj konkibin a wa yo. Li pa t antre kote wa a ankò sof ke wa a te kontan anpil avèk li e te rele li eksprè pa non l.
EST 2:15 Alò lè lè pou Esther, fi a Abichaïl la, tonton li, Mardochée, ki te pran li kon pwòp pitit pa li, te rive antre kote wa a, li pa t mande anyen sof ke sa ke Hégaï, enik a wa a ki te an chaj fanm yo, te konseye yo. Epi Esther te jwenn favè nan zye a tout moun ki te wè l yo.
EST 2:16 Pou sa, Esther te mennen vè Wa Assuérus nan palè wayal li a nan dezyèm mwa ki nan mwa Tébeth la, nan setyèm ane pouvwa li a.
EST 2:17 Wa a te renmen Esther plis pase tout fanm yo, e li te twouve gras avèk favè devan li menm plis pase tout lòt vyèj yo, jiskaske li te mete kouwòn wayal la sou tèt li e te fè li rèn nan plas a Vasthi a.
EST 2:18 Epi wa a te bay yon gran bankè pou tout chèf li yo ak sèvitè li yo. Li te rele l bankè Esther. Li te pwokame l yon jou fèt pou pwovens yo, epi li te bay yo kado selon jenewozite a wa a.
EST 2:19 Lè vyèj yo te reyini ansanm yon dezyèm fwa a, alò, Mardochée te chita nan pòtay a wa a.
EST 2:20 Esther potko fè yo konnen fanmi li yo, ni pèp li a, jis jan ke Mardochée te bay li lòd fè a, jis jan li te fè lè se te li ki t ap swaye li a.
EST 2:21 Nan jou sa yo, pandan Mardochée te chita nan pòtay palè a wa a, Bigthan avèk Théresch, de ofisye a wa yo ki t ap veye pòt la, te vin fache, e te chache mete men sou wa Assuérus.
EST 2:22 Men konplo a te vin rekonèt pa Mardochée e li te pale rèn Esther, e Esther te pale wa a nan non a Mardochée.
EST 2:23 Alò, lè yo fè rechèch nan konplo a e jwenn bout li, yo tou de te pann sou yon bwa; epi sa te ekri nan Liv Achiv Kwonik Yo nan prezans wa a.
EST 3:1 Apre evènman sa yo, Wa Assuérus te elve pozisyon a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la. Li te pouse l devan e te etabli otorite li sou tout chèf ki te avèk li yo.
EST 3:2 Tout sèvitè a wa yo ki te nan pòtay a wa a te bese ba e te bay onè a Haman; paske, se sa wa a te kòmande pa li menm. Men Mardochée pa t bese, ni pa t bay onè.
EST 3:3 Alò, sèvitè a wa yo te di a Mardochée: “Poukisa w ap dezobeyi lòd a wa a?”
EST 3:4 Alò, li te rive ke lè yo te pale chak jou avèk li e li te refize koute yo, ke yo te pale Haman pou wè si koz a Mardochée a ta kanpe, paske li te di yo ke se yon Jwif li te ye.
EST 3:5 Lè Haman te wè ke Mardochée pa t bese ni ba li onè, Haman te ranpli avèk laraj.
EST 3:6 Men li pa t satisfè pou mete men l sou Mardochée sèl, paske yo te fè l konnen pèp Mardochée a. Konsa, Haman te chache detwi tout Jwif yo, pèp Mardochée a, ki te toupatou nan tout wayòm Assuérus la.
EST 3:7 Nan premye mwa ki se mwa Nisan an, nan douzyèm ane Wa Assuérus la, bagay Pur la, sa vle di tiraj osò a, te voye devan Haman jou apre jou e soti mwa apre mwa, jis rive nan douzyèm mwa a, sa vle di, mwa Adar la.
EST 3:8 Epi Haman te di a Wa Assuérus: “Genyen yon sèten pèp ki gaye toupatou pami pèp la nan tout pwovens nan wayòm ou an; lwa pa yo pa menm ak tout lòt pèp nan pwovens a wayòm ou an. Yo menm, yo pa swiv lwa a wa a, e konsa, li pa nan enterè a wa a pou kite yo rete la.
EST 3:9 Si se plezi a wa a, kite yon dekrè pibliye pou yo ta detwi, e mwen va peye di-mil talan ajan nan men a sila ki akonpli afè wa a, pou mete li nan kès a wa a.”
EST 3:10 Konsa, wa a te retire bag so li nan men l, e te bay li a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, lènmi a Jwif yo.
EST 3:11 Wa a te di Haman: “Ajan an se pa w, ni pèp la, pou fè avèk yo sa ou pito.”
EST 3:12 Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a.
EST 3:13 Lèt yo te voye pa mesaje wa yo nan tout pwovens a wa yo pou detwi, pou touye e anile tout Jwif yo, ni jèn, ni granmoun, fanm avèk timoun, nan yon sèl jou, nan trèzyèm jou a douzyèm mwa a, ki se mwa Adar la, e pou sezi tout byen pa yo kon piyaj.
EST 3:14 Yon kopi a dekrè a te dwe sikile kon lwa nan chak pwovens e te pibliye a tout pèp yo pou yo ta prepare pou jou sa a.
EST 3:15 Mesaje wa yo te sòti, ranfòse pa dekrè a wa a, pandan dekrè a te pibliye nan sitadèl Suse la. Wa a avèk Haman te chita ansanm pou bwè, men lavil Suse te twouble.
EST 4:1 Lè Mardochée te vin aprann tout sa ki te fèt yo, li te chire rad li. Li te mete twal sak avèk sann sou li, te ale deyò nan mitan lavil la, e te kriye byen fò anlè avèk amètim.
EST 4:2 Li te rive jis nan pòtay a wa a, paske nanpwen pèsòn ki te abiye an twal sak ki ta kab antre sou pòtay a kay wa a.
EST 4:3 Nan chak pwovens kote lòd la avèk dekrè a wa a te rive, te gen gwo doulè pami Jwif yo, avèk fè jèn, gwo kriye avèk lamantasyon. Epi anpil te kouche sou twal sak avèk sann.
EST 4:4 Konsa, sèvant a Esther yo avèk enik li yo te vin di li sa, e rèn nan te tòde vire ak gwo lapèn. Konsa, li te voye rad pou abiye Mardochée pou l ta kab retire twal sak la sou li, men li te refize.
EST 4:5 Alò, Esther te voye mande prezans a Hathac soti nan enik a wa yo, pou wa a te chwazi okipe li e te pase l lòd pou parèt kote Mardochée pou mande sa ki t ap pase a, e poukisa?
EST 4:6 Konsa, Hathac te sòti ale kote Mardochée nan plas lavil la devan pòtay a wa a.
EST 4:7 Mardochée te rakonte li tout sa ki te rive li an detay, kantite fòs ajan ke Haman te fè pwomès pou bay nan kès a wa a pou fin detwi tout Jwif yo.
EST 4:8 Anplis, li te bay li yon kopi a dekrè ki te pibliye Suse la pou detwi yo, pou li ta kapab montre Esther pou fè l konnen e bay li lòd pou rive antre kote wa a pou plede pou favè li e plede avè l pou pwoteksyon pèp li a.
EST 4:9 Hathac te retounen e te fè Esther konnen pawòl a Mardochée yo.
EST 4:10 Esther te pale avèk Hathac e te mande li bay repons a Mardochée:
EST 4:11 “Tout sèvitè a wa yo avèk pèp an pwovens a wa yo byen konnen ke si nenpòt gason oswa fanm antre devan wa a nan lakou enteryè a san envite pa li menm, li gen yon sèl lwa; ke li va mete a lanmò, sof ke wa a lonje baton a wa a pou l kab viv. Epi mwen pa t envite kote wa a pandan trant jou sila yo.”
EST 4:12 Yo te pataje pawòl a Esther yo avèk Mardochée.
EST 4:13 Epi Mardochée te di yo reponn a Esther: “Pa imajine ke ou menm nan palè a wa a kab gen chans chape plis ke tout lòt Jwif yo.
EST 4:14 Paske, si ou rete an silans nan moman sa a, sekou avèk delivrans va sòti pou Jwif yo soti yon lòt kote, e ou menm avèk lakay papa ou va peri. Kilès ki kab konnen si se pa pou moman sa a ke ou te rive nan pozisyon wayal sila a.”
EST 4:15 Alò, Esther te di yo prepare reponn Mardochée,
EST 4:16 “Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.”
EST 4:17 Konsa, Mardochée te sòti ale fè jis sa ke Esther te bay li lòd fè a.
EST 5:1 Alò, li te vin rive nan twazyèm jou ke Esther te mete sou li vètman wayal la, e te kanpe nan lakou enteryè a palè wa a devan chanm wa yo, e wa a te chita sou twòn wayal li a nan chanm twòn anfas antre pale a.
EST 5:2 Lè wa a te wè Esther, rèn nan, te kanpe nan lakou a, li te twouve favè nan zye li. Konsa, wa a te lonje baton a wa a fèt an lò ki te nan men l lan, vè Esther. Pou sa, Esther te pwoche pre pou te touche pwent an wo baton an.
EST 5:3 Epi wa a te di li: “Se kisa ki twouble ou, rèn Esther? Epi se kisa ke w ap mande? Menm jis mwatye wayòm mwen, li va bay a ou menm.”
EST 5:4 Esther te di: “Si sa fè wa a plezi, ke wa a avèk Haman kapab vini nan menm jou sa a nan yon bankè ke m gen tan prepare pou li.”
EST 5:5 Alò wa a te di: “Mennen Haman byen vit pou nou kapab fè kon Esther vle a.” Konsa, wa a avèk Haman te vini nan bankè ke Esther te prepare a.
EST 5:6 Pandan yo t ap bwè diven nan bankè a, wa a te di a Esther: “Se ki petisyon ke ou ap fè a, paske li va bay a ou menm. Kisa menm ou ap mande a? Menm jis mwatye wayòm nan, li va fèt.”
EST 5:7 Konsa, Esther te reponn: “Men petisyon mwen an e sa ke m mande a:
EST 5:8 Si mwen twouve favè nan zye a wa a, e si sa fè l plezi pou ban mwen petisyon mwen an, e fè sa ke m mande a, ke wa a avèk Haman kapab parèt nan bankè ke m va prepare pou yo a, e demen mwen va fè selon sa ke wa a mande a.”
EST 5:9 Alò, Haman te sòti nan jou sa a byen kontan avèk rejwisans nan kè l, men lè li te wè Mardochée nan pòtal palè a wa a, e te wè li pa t leve, ni tranble devan l, konsa, Haman te ranpli avèk laraj kont Mardochée.
EST 5:10 Haman te kontwole tèt li menm malgre sa e te ale lakay li pou te voye chache zanmi li yo avèk madanm li, Zérescha.
EST 5:11 Alò, Haman te rakonte yo glwa a richès li, fòs kantite pitit li yo, chak moman ke wa a te leve li, e te fè l monte pi wo chèf avèk sèvitè a wa a.
EST 5:12 Anplis, Haman te di: “Menm Esther, rèn nan pa t kite lòt moun sof ke mwen menm vini avèk wa a nan bankè ke li te prepare a; epi demen, ankò, mwen envite pa li menm avèk wa a.
EST 5:13 Malgre tout sa, mwen vin pa kontan chak fwa ke m wè Mardochée, Jwif ki chita nan pòtay a wa a.”
EST 5:14 Epi Zéresch, madanm li an, te di li: “Fè yo prepare yon wo etaj senkant koude nan wotè, e demen maten, mande wa a pou pann Mardochée ladann. Epi apre, ale nan bankè a avèk jwa.” Konsèy la te fè Haman byen kontan e li te fè yo prepare etaj la.
EST 6:1 Pandan nwit lan, wa a pa t kab dòmi. Pou sa, li te pase lòd pou mennen liv achiv kwonik yo pou yo te li li devan wa a.
EST 6:2 Li te twouve ekri ladann sa ke Mardochée te rapòte konsènan Bigthan avèk Théresch la, de nan enik wa ki te gadyen pòtay yo, ki te chache pou mete men yo sou wa Assuérus la.
EST 6:3 Wa a te mande: “Ki distenksyon oswa onè yo te bay a Mardochée pou sèvis sa a?” Sèvitè a wa yo te di: “Anyen pa t fèt pou li.”
EST 6:4 Pou sa, wa a te di: “Kilès ki nan lakou a?” Alò, Haman te fenk antre nan lakou deyò a palè wa a pou l ta kab pale avèk wa a konsènan afè pann Mardochée sou etaj ki te bati pou li a.
EST 6:5 Sèvitè a wa a te di li: “Men gade byen, Haman kanpe nan lakou a.” Epi wa a te di li: “Kite li antre.”
EST 6:6 Pou sa, Haman te antre anndan e wa a te di li: “Kisa ki ta dwe fèt pou nonm nanke wa a dezire onore a?” Epi Haman te di nan tèt li: “Se kilès wa a ta vle onore plis ke mwen menm nan?”
EST 6:7 Epi Haman te di a wa a: “Pou nonm ke wa a vle onore a,
EST 6:8 kite yo mennen yon vètman wayal ke wa a te konn mete, avèk cheval ke wa a te konn monte e sou tèt a sila, yon kouwòn wa a te fin mete.
EST 6:9 Epi, konsa, kite vètman avèk cheval la remèt a youn nan chèf a wa ki pi onore a e kite yo abiye moun ke wa a vle onore a, mennen li sou do cheval la toupatou nan plas lavil la e pwoklame devan li, ‘Se konsa pou l ta fèt a moun nan ke wa a vle onore a.’”
EST 6:10 Epi wa a te di a Haman: “Byen vit pran vètman avèk cheval la kon ou te pale a e fè sa pou Mardochée, Jwif la, ki chita nan pòtay wa a. Pa manke nan anyen a tout sa ke ou te pale yo.”
EST 6:11 Konsa, Haman te pran vètman an avèk cheval la, te abiye Mardochée, te mennen li sou cheval la nan tout plas lavil la, e te fè pwoklamasyon devan l, “Se konsa li va fèt pou nonm ke wa a vle onore a.”
EST 6:12 Konsa, Mardochée te retounen nan pòtay a wa a, men Haman te kouri byen vit pou rive lakay li avèk kri doulè, ak tèt li kouvri.
EST 6:13 Haman te rakonte a Zéresch, madanm li avèk tout zanmi li yo tout sa ki te rive li yo. Epi mesye saj yo avèk Zéresch, madanm li an, te di li: “Si Mardochée, devan sila ou kòmanse tonbe a, sòti nan Jwif yo, anverite, ou p ap genyen sou li, men anverite, ou va tonbe devan li.”
EST 6:14 Pandan yo t ap toujou pale avèk li, enik a wa yo te rive e byen prese, yo te mennen Haman nan bankè ke Esther te prepare a.
EST 7:1 Alò, wa a avèk Haman te vini pou bwè diven an avèk Esther, rèn nan.
EST 7:2 Konsa, wa a te di a Esther ankò nan dezyèm jou a pandan yo t ap bwè diven pa yo nan bankè a, “Se ki petisyon ou an, rèn Esther? Li va bay a ou menm. Se kisa ke w ap mande a? Menm jis rive mwatye wayòm nan, li va fèt.”
EST 7:3 Rèn Esther te reponn: “Si mwen te jwenn favè nan zye ou, O wa, e si se plezi a wa a, ban mwen lavi mwen kon petisyon mwen an, avèk pèp mwen an, se sa ke mwen mande.
EST 7:4 Paske nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.”
EST 7:5 Konsa, Wa Assuérus te mande rèn Esther, “Ki moun li ye e kibò li ye, ki ta pwopoze fè afè sila a?”
EST 7:6 Esther te di: “Yon oprimè avèk yon lènmi, se mechan Haman sila a!” Pou sa a, Haman te vin ranpli avèk laperèz devan wa a avèk rèn nan.
EST 7:7 Wa a nan kòlè li te leve kite bwè diven an, e te antre nan jaden palè a. Men Haman te rete pou mande Esther sekou pou lavi li, paske li te wè wa a te vin gen entansyon fè l move bagay.
EST 7:8 Alò, lè wa a te retounen sòti nan jaden palè a pou l antre nan plas kote yo t ap bwè diven an, Haman t ap tonbe sou sofa kote Esther te ye a. Konsa, wa a te di: “Èske li va menm vyole rèn nan pandan m la nan kay la?” Depi pawòl la te kite bouch a wa a, yo te kouvri figi a Haman.
EST 7:9 Alò Harbona, youn nan enik yo devan wa a te di: “Gade byen, anverite, men wo etaj senkant koude nan wotè ki kanpe kote kay Haman an, ke li te fè pou Mardochée ki te pale byen pou wa a!” Epi wa a te di: “Pann li sou li!”
EST 7:10 Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.
EST 8:1 Nan menm jou sa a, Wa Assuérus te bay lakay Haman, lènmi a Jwif yo, a rèn Esther. Mardochée te parèt devan wa a, paske Esther te pale wa a sa li te ye pou li.
EST 8:2 Wa a te fin retire bag so ke li te retire nan men a Haman an e te bay li a Mardochée. Konsa, Esther te plase Mardochée sou kay Haman an.
EST 8:3 Esther te pale ankò a wa a, te tonbe nan pye li, te kriye e te sipliye li pou evite mechanste Haman an, Agagit la, avèk konplo ke li te prepare kont Jwif yo.
EST 8:4 Wa a te lonje baton an lò a vè Esther. Konsa, Esther te leve kanpe devan wa a.
EST 8:5 Li te di: “Si sa fè wa a plezi, si mwen te twouve favè devan li, wa a twouve koz sa a bon, e sa fè kè l kontan pou wè m, kite li ekri pou anile lèt ki te manevre pa Haman an, fis a Hammedatha a, Agagit la, ke li te ekri pou detwi Jwif ki nan tout pwovens a wa yo.
EST 8:6 Paske, kijan mwen kab sipòte wè gwo dezas ki va rive pèp mwen an, e kijan mwen kab sipòte wè destriksyon a fanmi mwen yo?”
EST 8:7 Pou sa, Wa Assuérus te pale a rèn Esther e a Mardochée, Jwif la: “Veye byen, Mwen te bay lakay Haman a Esther e li menm, yo te pann li sou wo etaj la akoz li te lonje men li kont Jwif yo.
EST 8:8 Alò, ou menm ekri a Jwif yo jan ou twouve li bon nan non a wa a, e sele lèt la avèk bag so a wa a; paske, yon dekrè ki ekri nan non a wa a e sele avèk bag so a wa a p ap kapab anile.”
EST 8:9 Pou sa, grefye a wa yo te rele nan lè sa a nan twazyèm mwa a (sa vle di, mwa Sivan an), nan twazyèm jou a; epi, li te ekri selon tout sa ke Mardochée te kòmande a Jwif yo, reprezantan a wa yo nan pwovens yo, gouvènè yo, avèk chèf a pwovens ki te lonje rive soti nan Inde jis rive Ethiopie, san-venn-sèt pwovens, a chak pwovens selon ekriti pa li e a chak pèp selon langaj yo, epi anplis a Jwif yo selon ekriti pa yo, avèk langaj pa yo.
EST 8:10 Li te ekri nan non a Wa Assuérus, te sele li avèk bag so a wa a e te voye lèt yo pa mesaje yo monte sou cheval ki te nan ras cheval wayal yo.
EST 8:11 Nan lèt sa yo, wa a te bay dwa a Jwif yo nan chak vil, pou rasanble e fè defans lavi yo, pou detwi, pou touye e pou anile tout lame a nenpòt pèp oswa pwovens ki ta vin atake yo, menm ansanm avèk pitit yo ak fanm yo, e piyaje byen yo,
EST 8:12 nan yon sèl jou nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, trèzyèm jou nan douzyèm mwa a, (sa vle di, mwa Adar a).
EST 8:13 Yon kopi a dekrè a te gen pou pibliye kon lwa nan chak pwovens e te pibliye a tout pèp yo, pou Jwif yo ta parèt nan jou sila pou fè revandikasyon yo sou lènmi yo.
EST 8:14 Mesaje yo byen prese, bourade pa lòd a wa a, te sòti monte sou cheval wayal yo. Konsa, dekrè a te distribye nan sitadèl Suse la.
EST 8:15 Epi Mardochée te sòti nan prezans a wa a nan vètman wayal la ki te an koulè ble e blan, avèk yon gran kouwòn an lò ak yon manto fèt an len fen e mov; epi lavil Suse te fè yon gwo kri avèk jwa, e te rejwi.
EST 8:16 Pou Jwif yo, te gen limyè, kè kontan, lajwa avèk lonè.
EST 8:17 Nan chak pwovens nèt ak nan chak vil nenpòt kote lòd a wa a avèk dekrè li te rive a, te gen kè kontan avèk lajwa pou Jwif yo, yon fèt bankè avèk yon jou fèt. Epi anpil moun pami pèp peyi yo te vin Jwif, paske krent a Jwif yo te vin tonbe sou yo.
EST 9:1 Alò, nan douzyèm mwa a (sa vle di mwa Adar la), sou trèzyèm jou a, lè lòd a wa a avèk dekrè li a te prèt pou acheve, nan jou lè lènmi a Jwif yo te gen espwa vin mèt sou yo a, li te vin vire tèt anba jiskaske Jwif yo menm te vin domine sou sila ki te rayi yo.
EST 9:2 Jwif yo te rasanble nan vil pa yo toupatou nan pwovens a Wa Assuérus yo pou mete men yo sou sila ki te chache fè yo mal yo. Konsa, pa t genyen moun ki te kab kanpe devan yo, paske perèz yo te vin tonbe sou tout moun nan pèp yo.
EST 9:3 Menm tout chèf pwovens yo, reprezantan a wa yo, gouvènè yo e sila ki t ap fè afè a wa yo te asiste Jwif yo akoz laperèz a Mardochée te vin tonbe sou yo.
EST 9:4 Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardochée, te vin pi gwo e pi gwo.
EST 9:5 Konsa, Jwif yo te frape tout lènmi yo avèk nepe, te touye e detwi. Yo te fè sa yo te pito a sila ki te rayi yo.
EST 9:6 Nan sitadèl Suse la, Jwif yo te touye e detwi senk-san òm.
EST 9:7 Yo te touye Parchandatha, Dalphon, Aspatha,
EST 9:8 Poratha, Adalia, Aridatha,
EST 9:9 Parmaschtha, Arizaï, Aridaï avèk Vajezatha,
EST 9:10 dis fis a Haman yo, fis a Hammedatha yo, lènmi a Jwif yo. Men yo te refize touche piyaj la.
EST 9:11 Nan menm jou sa a, fòs kantite a sila ki te touye nan sitadèl Suse la te rapòte a wa a.
EST 9:12 Wa a te di a rèn Esther: “Jwif yo te fin touye e detwi senk-san moun avèk fis a Haman yo nan sitadèl Suse la. Alò, konsa se kisa ke yo gen tan fè nan lòt pwovens a wa yo!” Koulye a, se ki petisyon ou? Menm li menm va bay a ou menm. Epi kisa ou mande anplis? Li menm tou va fèt.
EST 9:13 Epi Esther te di: “Si sa se plezi a wa a, kite demen, anplis, vin bay a Jwif ki nan Suse yo, pou fè menm ak dekrè ki pou jodi a; epi kite dis fis a Haman yo vin pann sou wo etaj la.”
EST 9:14 Pou sa, wa a te kòmande pou li ta fèt konsa. Yon dekrè te pibliye nan Suse e dis fis a Haman yo te pann.
EST 9:15 Jwif ki te nan Suse yo te rasanble, anplis, nan katòzyèm jou nan mwa Adar la e te touye twa-san moun nan Suse, men yo pa t mete men yo sou piyaj la.
EST 9:16 Alò, tout lòt moun nan Jwif yo ki te nan pwovens yo te rasanble pou defann lavi yo, pou te retire lènmi yo pami yo e pou te touye swasann-kenz-mil nan sila ki te rayi yo; men yo pa t mete men yo sou piyaj la.
EST 9:17 Sa te fèt nan trèzyèm jou nan mwa Adar la e nan katòzyèm jou a, yo te repoze e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans.
EST 9:18 Men Jwif ki te nan Suse yo te rasanble nan trèzyèm avèk katòzyèm jou nan menm mwa a. Men yo te repoze nan kenzyèm jou a, e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans.
EST 9:19 Pou sa, Jwif nan andwa andeyò yo, ki te rete nan lavil riral yo, fè katòzyèm jou nan mwa Adar la yon jou fèt pou rejwi, fè fèt ak voye pòsyon manje bay youn lòt.
EST 9:20 Epi Mardochée te fè yon rapò de evènman sila yo, e li te voye lèt a tout Jwif ki te nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, ni sila ki pre yo, ni sila ki te lwen yo,
EST 9:21 pou fè yo konprann se devwa yo pou selebre katòzyèm jou a mwa Adar la avèk kenzyèm jou nan menm mwa a chak ane,
EST 9:22 paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te vin vire an kè kontan e kite rele anmwey la pou rive fè yon jou fèt; ke yo ta dwe fè yon jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo.
EST 9:23 Konsa, Jwif yo te acheve fè sa ke yo te kòmanse fè a e menm sa ke Mardochée te ekri yo.
EST 9:24 Paske Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, advèsè a tout Jwif yo, te manevre kont Jwif yo pou detwi yo, e te voye Pur, sa vle di osò, pou deranje yo ak detwi yo.
EST 9:25 Men lè li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la.
EST 9:26 Pou sa, yo rele jou sila yo Purim menm non ak Pur. Epi akoz enstriksyon nan lèt sila yo, akoz sa yo te wè konsa ak sa ki te rive yo,
EST 9:27 Jwif yo te etabli e te fè kon koutim yo avèk desandan yo, pou tout sila ki te fè alyans avèk yo, pou yo pa ta manke selebre de jou sa yo selon règ e selon tan ki apwente chak ane.
EST 9:28 Pou sa, jou sa yo te gen pou sonje e selebre pandan tout jenerasyon, tout fanmi, tout pwovens ak tout vil; epi jou a Purimsila yo pa te janm dwe neglije pami Jwif yo, ni memwa yo vin pèdi fòs pami desandan yo.
EST 9:29 Epi rèn Esther, fi a Abichaïl la, avèk Mardochée, Jwif la, te ekri avèk plen otorite pou konfime dezyèm lèt sa a konsènan Purim.
EST 9:30 Li te voye lèt yo a tout Jwif nan san-venn-sèt pwovens a wayòm Assuérus yo, avèk pawòl lapè ak verite,
EST 9:31 pou etabli jou a Purim sila yo nan tan ki apwente, jis jan ke Mardochée avèk rèn Esther te etabli a pou yo menm e pou desandan pa yo avèk enstriksyon pou tan jèn avèk lamantasyon yo.
EST 9:32 Se te lòd Esther a ki te etabli koutim sila yo pou Purim, e sa te ekri nan liv la.
EST 10:1 Alò Wa Assuérus te enpoze yon taks sou peyi a avèk peyi kot lanmè yo.
EST 10:2 Epi tout sa li te acheve, otorite li avèk fòs li, ak listwa konplè ak wotè Mardochée te acheve nan sila wa a te fè l rive a, èske sila yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Mèdes Avèk Perse yo?
EST 10:3 Paske Mardochée, Jwif la, te sèl dezyèm a Wa Assuérus la, byen gran pami Jwif yo, e byen renmen pa gwo fanmi li, tankou yon moun ki te chache sa ki bon pou pèp li, e yon moun ki te pale lapè a tout desandan li yo.
JOB 1:1 Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.
JOB 1:2 Sèt fis ak twa fi te fèt a li menm.
JOB 1:3 Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te pi gran òm nan tout pati lès la.
JOB 1:4 Fis li yo te konn ale fè yon fèt lakay a yo chak, selon jou fèt pa li a, e yo te konn envite twa sè yo pou manje e bwè avèk yo.
JOB 1:5 Lè jou a fèt yo te fini, Job ta voye konsakre yo, nan leve granmmaten pou ofri ofrann brile selon fòs kantite a yo tout. Paske Job te di: “Petèt fis mwen yo te peche, e te modi Bondye nan kè yo.” Konsa Job te fè tout tan.
JOB 1:6 Alò, te rive yon jou lè fis a Bondye yo te vin prezante yo menm devan Bondye, e Satan osi, te rive pami yo.
JOB 1:7 SENYÈ a te di a Satan: “Depi kibò ou sòti?” Konsa, Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè a, e mache toupatou sou li.”
JOB 1:8 SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou remake sèvitè mwen an, Job? Paske nanpwen okenn tankou li sou latè, yon nonm san repwòch ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite mal.”
JOB 1:9 Satan te reponn SENYÈ a: “Èske Job gen lakrent Bondye pou granmesi?
JOB 1:10 Èske Ou pa t fè yon kloti antoure li avèk lakay li avèk tout sa li genyen sou chak kote? Ou te beni zèv men li yo, e byen li grandi anpil nan peyi a.
JOB 1:11 Men lonje men Ou depi koulye a, touche tout sa li posede. Anverite li va modi Ou menm devan figi Ou.”
JOB 1:12 SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, tout sa li genyen sou pouvwa ou. Sèlman pa lonje men ou sou kò li.” Konsa, Satan te pati devan prezans SENYÈ a.
JOB 1:13 Alò, nan jou ke fis li avèk fi li yo t ap manje ak bwè diven lakay pi gran frè a,
JOB 1:14 yon mesaje te rive kote Job. Li te di: “Bèf yo t ap raboure, e bourik yo t ap manje akote yo,
JOB 1:15 men konsa, Sabeyen yo te atake vin pran yo. Anplis, yo te touye sèvitè yo ak lam nepe, e se sèl mwen ki te chape pou di ou sa.”
JOB 1:16 Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive pou l te di: “Dife Bondye te tonbe soti nan syèl la, e te brile tout mouton avèk sèvitè yo. Li te manje yo nèt e se mwen sèl ki te chape pou di ou sa.”
JOB 1:17 Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive epi te di: “Kaldeyen yo te fòme twa bann pou vin desann sou chamo yo. Yo te pran yo, e touye sèvitè yo avèk lanm nepe. Se mwen sèl ki chape pou di ou sa.”
JOB 1:18 Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive epi te di: “Fis ou yo avèk fi ou yo t ap manje ak bwè diven lakay pi gran frè a,
JOB 1:19 epi men vwala, yo gwo van te travèse dezè a pou frape kat kwen kay la. Li te tonbe sou jenn moun sa yo epi yo te mouri. Se mwen sèl ki te chape pou vin di ou sa.”
JOB 1:20 Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore.
JOB 1:21 Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.”
JOB 1:22 Pandan tout sa, Job pa t fè peche, ni li pa t bay repwòch a Bondye.
JOB 2:1 Ankò, yon jou te rive lè fis a Bondye yo te vin prezante yo devan SENYÈ a, e Satan osi te vin prezante li menm devan SENYÈ a.
JOB 2:2 SENYÈ a te di a Satan: “Kibò ou sòti?” Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè, e te mache toupatou sou li.”
JOB 2:3 SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”
JOB 2:4 Satan te reponn SENYÈ a. Li te di: “Chè pou chè! Wi, tout sa yon nonm genyen, li va bay pou lavi li.
JOB 2:5 Malgre sa, lonje men Ou koulye a e touche zo li avèk chè li. Li va modi Ou devan figi Ou.”
JOB 2:6 Konsa, SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, li nan pouvwa ou. Sèlman konsève lavi li.”
JOB 2:7 Konsa, Satan te sòti nan prezans SENYÈ a e te frape Job avèk abse ak maleng soti anba pye li jis rive sou kwòn tèt li.
JOB 2:8 Job te pran yon mòso cha kanari pou grate kò l pandan li te chita nan mitan sann yo.
JOB 2:9 Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”
JOB 2:10 Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?” Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li.
JOB 2:11 Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamatit lan. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò.
JOB 2:12 Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te jete pousyè sou tèt yo vè syèl la.
JOB 2:13 Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.
JOB 3:1 Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la.
JOB 3:2 Job te di:
JOB 3:3 “Kite jou ke m te dwe fèt la peri, ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’
JOB 3:4 Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt. Pa kite Bondye anwo a pran swen li, ni limyè vin klere sou li.
JOB 3:5 Kite fènwa avèk gwo tenèb reklame li. Kite fènwa jou sa a modi li.
JOB 3:6 Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li. Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a. Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo.
JOB 3:7 Koute byen, kite nwit sa a rete esteril. Pa kite okenn kri lajwa antre ladann.
JOB 3:8 Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a, sila ki prè pou fè Levyatan leve kò l.
JOB 3:9 Kite zetwal lannwit li yo vin etenn. Kite li espere limyè, men pa twouve l. E kite li pa wè maten vin parèt,
JOB 3:10 akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m, ni kache twoub devan zye m.
JOB 3:11 “Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt? Sòti nan vant li e mouri la menm?
JOB 3:12 Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?
JOB 3:13 Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè; mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,
JOB 3:14 ansanm ak wa ak konseye latè ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;
JOB 3:15 oswa avèk prens ki te gen lò yo, ki t ap plen lakay yo ak ajan;
JOB 3:16 Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste, kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.
JOB 3:17 La, mechan yo sispann fè laraj, e la moun fatige yo jwenn repo.
JOB 3:18 Prizonye yo alèz ansanm. Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.
JOB 3:19 Ni piti, ni gran yo la. E esklav la lib de mèt li.
JOB 3:20 “Poukisa limyè bay a sila ki soufri a, e lavi a nanm anmè a,
JOB 3:21 ki anvi wè lanmò, men nanpwen, e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,
JOB 3:22 ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a?
JOB 3:23 Poukisa limyè bay a yon nonm ak chemen an kache a, ke Bondye te jennen tout kote a?
JOB 3:24 Paske soupi mwen yo parèt menm moman manje a rive devan zye m. Epi kri mwen yo vide tankou dlo.
JOB 3:25 Paske sa m krent lan te vini sou mwen. Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen.
JOB 3:26 Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè. Mwen pa jwenn repo, ni m pa kalm, men se boulvèsman ki vin parèt.”
JOB 4:1 Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;
JOB 4:2 Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou, èske ou va pèdi pasyans? Men se kilès ki kab refize pale?
JOB 4:3 Gade byen, ou te enstwi anpil lòt moun; ou te ranfòse menm fèb yo.
JOB 4:4 Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe, e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.
JOB 4:5 Men koulye a, se sou ou sa rive, e ou pa gen pasyans. Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
JOB 4:6 Èske se pa lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou, ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?
JOB 4:7 “Sonje byen se kilès ki konn peri inosan? Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?
JOB 4:8 Selon sa ke mwen menm te wè, sila ki raboure inikite yo, ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.
JOB 4:9 Pa souf Bondye, yo peri, e pa van chalè Li, yo fini nèt.
JOB 4:10 Gwo vwa a lyon fewòs la, vwa fewòs a lyon an, e dan a jenn lyon yo fin kase.
JOB 4:11 Pi gran lyon an peri paske li manke manje, e pitit li yo vin gaye.
JOB 4:12 “Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen; zòrèy mwen te resevwa yon ti souf li.
JOB 4:13 Pami refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo, lè dòmi pwofon tonbe sou moun,
JOB 4:14 laperèz te vini sou mwen. Mwen te tranble e zo m yo te souke.
JOB 4:15 Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen; plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.
JOB 4:16 Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li. Yon fòm te devan zye m. Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:
JOB 4:17 'Èske lòm kapab jis devan Bondye? Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?
JOB 4:18 Menm nan sèvitè Li yo, Li pa mete konfyans; ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.
JOB 4:19 Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo, ki gen pousyè kon fondasyon, ki vin kraze devan papiyon!
JOB 4:20 Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso; san yo pa wè anyen, yo peri nèt.
JOB 4:21 Èske kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan? Yo mouri konsa, san sajès.'
JOB 5:1 “Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn? A kilès nan sen fidèl yo ke ou va vire?
JOB 5:2 Paske rankin va touye moun ki plen foli, e jalouzi va touye moun senp lan.
JOB 5:3 Mwen te wè moun san konprann ki t ap pran rasin, e byen vit, mwen te denonse kay li.
JOB 5:4 Fis li yo pa jwenn sekirite ditou; menm nan pòtay la, yo oprime, ni pa gen moun pou delivre yo.
JOB 5:5 Moun grangou yo devore rekòlt li, e mennen l yon kote plen pikan. Epi pèlen an rete ouvrè pou sezi tout byen yo.
JOB 5:6 Paske malè pa sòti nan pousyè, ni gwo twoub pa pouse soti nan tè;
JOB 5:7 paske lòm fèt pou gwo twoub, tankou etensèl dife vole anlè.
JOB 5:8 “Men pou mwen, mwen ta chache Bondye, pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.
JOB 5:9 Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan; mèvèy ki pa kab menm konte yo.
JOB 5:10 Li bay lapli sou tè a, e voye dlo sou chan yo,
JOB 5:11 Jiskaske Li leve sila ki enb yo, e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.
JOB 5:12 Li anile manèv a sila ki gen riz yo pou men yo pa reyisi.
JOB 5:13 Li kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo, e konsèy a moun k ap twonpe moun nan vin kontrekare byen vit.
JOB 5:14 Nan gwo lajounen, yo jwenn ak tenèb, e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.
JOB 5:15 Men li sove yo de nepe a pwop bouch yo, e menm malere a chape nan men pwisan an.
JOB 5:16 Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa, e inikite oblije pe bouch li.
JOB 5:17 “Gade byen kijan nonm ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan. Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.
JOB 5:18 Paske se Li menm ki blese, e se Li menm ki retire blesi a; Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.
JOB 5:19 Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo; Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.
JOB 5:20 Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò, e nan lagè, devan pouvwa nepe a.
JOB 5:21 Ou va pwoteje devan blese a lang lan, e ou p ap pè vyolans lan lè l vin parèt.
JOB 5:22 Ou va ri devan vyolans ak grangou, e ou p ap pè bèt sovaj yo.
JOB 5:23 Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo, e bèt sovaj yo va anpè avèk ou.
JOB 5:24 Ou va konnen ke tant ou an pwoteje, paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt.
JOB 5:25 Anplis, ou va konnen ke desandan ou yo va anpil, e sila ki sòti nan ou yo anpil tankou zèb latè.
JOB 5:26 Ou va rive nan tonbo a ak tout fòs ou, tankou gwo sak ble nan sezon li.
JOB 5:27 Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye. Tande sa e konnen l pou kont ou.”
JOB 6:1 Epi Job te reponn:
JOB 6:2 “O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan, ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!
JOB 6:3 Paske li ta pi lou pase sab lanmè yo. Akoz sa a, pawòl mwen yo te tèlman san règ.
JOB 6:4 Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m; lespri m ap bwè pwazon. Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.
JOB 6:5 Èske bourik mawon ranni sou zèb li, oswa bèf rele sou manje li?
JOB 6:6 Èske bagay san gou kapab manje san sèl, oswa èske pati blan nan zye poul la gen gou?
JOB 6:7 Nanm mwen p ap touche yo. Yo tankou manje abominab pou mwen.
JOB 6:8 “O ke sa m mande ta kab rive, e ke Bondye ta ban m sa m anvi wè a!
JOB 6:9 Ke Bondye ta dakò pou kraze m nèt, ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!
JOB 6:10 Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen; wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen, pou m pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.
JOB 6:11 Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tann? Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
JOB 6:12 Èske fòs mwen tankou wòch, o èske chè m kon bwonz?
JOB 6:13 Èske se pa ke nanpwen sekou anndan m, ke tout sajès fin chase lwen mwen?
JOB 6:14 “Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a, li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li; menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
JOB 6:15 Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin, kon flèv ravin ki vin sèch;
JOB 6:16 ki vin sal tankou glas k ap fonn kote lanèj kon kache.
JOB 6:17 Nan sezon sèch, yo pa la; lè li cho, yo disparèt sou plas yo.
JOB 6:18 Chemen a kous pa yo tòde tout kote; yo monte rive vin anyen; yo vin disparèt.
JOB 6:19 Karavàn Théma yo te vin veye; vwayajè Séba yo te gen espwa yo.
JOB 6:20 Yo te desi paske yo te mete konfyans; yo te vini la, e te etone.
JOB 6:21 Anverite, koulye a se konsa ou ye; ou wè laperèz e ou vin pè.
JOB 6:22 Èske mwen te di ou: ‘Ban m yon bagay’? Oswa m te fè yon demann anba tab pou retire nan richès ou?
JOB 6:23 Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’? Oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’?
JOB 6:24 “Enstwi mwen e mwen va pe la! Montre mwen kote mwen gen tò.
JOB 6:25 Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen! Men kisa diskou ou a pwouve?
JOB 6:26 Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo, lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?
JOB 6:27 Konsa, ou ta menm tire osò pou òfelen yo e fè twòk pou zanmi ou.
JOB 6:28 Alò, souple, gade mwen e wè si se manti m ap fè nan figi ou.
JOB 6:29 Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt. Retounen kote m! Jiska prezan, ladwati mwen rete ladan an.
JOB 6:30 Èske gen enjistis sou lang mwen? Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”
JOB 7:1 “Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè? Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye?
JOB 7:2 Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj, tankou jounalye k ap tann kòb li,
JOB 7:3 se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè, e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.
JOB 7:4 Lè m kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’ Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.
JOB 7:5 Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè. Po m vin di e li koule pij.
JOB 7:6 Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a. Yo fini sanzespwa.
JOB 7:7 Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf; zye m p ap wè sa ki bon ankò.
JOB 7:8 Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò. Zye Ou va sou mwen, men mwen p ap la ankò.
JOB 7:9 Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt. Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a p ap monte ankò.
JOB 7:10 Li p ap retounen ankò lakay li, ni plas li p ap rekonèt li ankò.
JOB 7:11 “Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen. Mwen va pale nan doulè lespri m; mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.
JOB 7:12 Èske se lanmè mwen ye, oswa bèt jeyan lanmè a, pou Ou te mete gad sou mwen?
JOB 7:13 Si mwen di: ‘Kabann mwen va ban m repo, sofa m va soulaje plent mwen,’
JOB 7:14 answit, Ou fè m krent ak rèv, e teworize m ak vizyon;
JOB 7:15 jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe; pito lanmò olye doulè mwen yo.
JOB 7:16 Mwen fin epwize nèt; mwen p ap viv tout tan. Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.
JOB 7:17 Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li e pou Ou bay ka li enpòtans,
JOB 7:18 pou Ou fè l pase egzamen chak maten e fè l pase eprèv chak moman?
JOB 7:19 Èske Ou p ap janm sispann gade m, ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?
JOB 7:20 Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou, Ou menm, ki gadyen lòm? Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?
JOB 7:21 Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”
JOB 8:1 Konsa, Bildad Schuach la, te reponn:
JOB 8:2 “Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo pou pawòl a bouch ou fè gwo van?
JOB 8:3 Èske Bondye konn konwonpi jistis la? Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat?
JOB 8:4 Si fis ou yo te peche kont Li, alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo.
JOB 8:5 Si ou ta chache Bondye e mande konpasyon a Toupwisan an,
JOB 8:6 si ou te san tach e dwat; anverite, koulye a, Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou jan ou te ye nan ladwati ou.
JOB 8:7 Malgre, kòmansman ou pa t remakab, ou ta fini avèk anpil gwo bagay.
JOB 8:8 “Souple, fè rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo, e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve.
JOB 8:9 Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen, e nou pa konnen anyen, paske jou pa nou yo sou latè se sèl yon lonbraj ki pase.
JOB 8:10 Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt?
JOB 8:11 “Èske jon kab grandi san ma dlo? Èske wozo konn pouse san dlo?
JOB 8:12 Pandan li toujou vèt e san koupe a, l ap fennen avan tout lòt plant yo.
JOB 8:13 Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo. Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,
JOB 8:14 sila a ak konfyans frajil la kap mete konfyans li nan fil arenye a.
JOB 8:15 Arenye a mete konfyans sou lakay li, men li p ap kanpe. Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.
JOB 8:16 Li byen reyisi nan solèy la e gaye toupatou nan jaden an.
JOB 8:17 Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch; li sezi yon kay wòch.
JOB 8:18 Si li vin deplase sou plas li, alò plas li va refize rekonèt li e di: “Mwen pa t janm wè w.
JOB 8:19 Gade byen, se sa ki fè lajwa chemen li; epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè a.
JOB 8:20 “Alò, Bondye p ap rejte yon nonm entèg; ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.
JOB 8:21 Jiska prezan, Li va ranpli bouch ou avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.
JOB 8:22 Sila ki rayi ou yo va vin abiye ak wont e tant a mechan yo p ap la ankò.”
JOB 9:1 Konsa, Job te reponn. Li te di:
JOB 9:2 “Anverite, mwen konnen sa se vrè; alò, kijan yon nonm kapab genyen dwa devan Bondye?
JOB 9:3 Si yon moun te vle diskite avèk Li, li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.
JOB 9:4 Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs; se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?
JOB 9:5 Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen, lè Li boulvèse yo nan fachez Li.
JOB 9:6 Li souke latè sòti nan plas li, e fè pilye fondasyon li yo tranble.
JOB 9:7 Li kòmande solèy la pou l pa klere e ki mete yon so sou zetwal yo.
JOB 9:8 Se Li menm sèl ki rale lonje syèl yo e bese vag lanmè yo.
JOB 9:9 Li sèl ki fè sou syèl la gwo Ourse la ak Orion an, avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.
JOB 9:10 Li menm ki fè gwo bagay mèvèy yo, avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.
JOB 9:11 Si Li ta vin pase bò kote mwen, mwen pa t ap wè L. Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.
JOB 9:12 Gade byen, Li rache retire, se kilès ki ka anpeche L? Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?
JOB 9:13 “Bondye p ap detounen kòlè Li. Anba Li, byen akwoupi, se asistan a Rahab yo.
JOB 9:14 Kijan mwen kab reponn Li, e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?
JOB 9:15 Paske malgre mwen te gen rezon, mwen pa t kab reponn. Mwen ta oblije mande gras a Jij mwen an.
JOB 9:16 Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen, mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.
JOB 9:17 Paske Li fin brize m nèt ak yon tanpèt, e ogmante blese mwen yo san koz.
JOB 9:18 Li pa lèse m pran souf, men fè m debòde ak sa ki anmè.
JOB 9:19 Men pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs! Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye pwosè vèbal bay Li menm?
JOB 9:20 Malgre mwen dwat, bouch mwen ap kondane m; malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.
JOB 9:21 Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm; mwen rayi lavi m.
JOB 9:22 “Tout se menm bagay. Akoz sa mwen di Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’
JOB 9:23 Si frèt la vin touye sibitman, l ap moke dezolasyon inosan an.
JOB 9:24 Ak lemonn nan ki sede nan men a mechan yo, Li fin kouvri figi a jij latè yo. Si se pa Li menm, eh byen se kilès?
JOB 9:25 “Alò, jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous; Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.
JOB 9:26 Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan wozo, tankou yon èg ki vole plonje sou viktim li.
JOB 9:27 Malgre mwen di ke m va bliye plent mwen, ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,
JOB 9:28 mwen krent tout doulè mwen yo. Mwen konnen ke Ou p ap bliye fot mwen yo.
JOB 9:29 Mwen gen tan fin jije koupab. Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?
JOB 9:30 Si m ta lave m nèt ak lanèj, e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,
JOB 9:31 malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la, e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.
JOB 9:32 Paske Li pa yon nonm kon mwen, pou m ta reponn Li, pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.
JOB 9:33 Nanpwen moun ki pou fè antant antre nou, ki ta kab mete men l sou nou toulède.
JOB 9:34 Kite Li retire baton Li sou mwen, e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.
JOB 9:35 Konsa, mwen ta pale san fè laperèz devan L; men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”
JOB 10:1 “Mwen rayi pwòp lavi m; mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt. Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.
JOB 10:2 Mwen va di a Bondye: ‘Pa kondane mwen! Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.
JOB 10:3 Èske se vrèman bon pou Ou ta oprime; pou meprize zèv men Ou yo e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?
JOB 10:4 Èske zye Ou fèt ak chè? Oswa èske Ou wè kon yon nonm wè?
JOB 10:5 Èske jou Ou yo tankou jou a moun mòtèl, oswa ane Ou yo tankou ane a yon nonm,
JOB 10:6 pou Ou ta dwe chache koupabilite mwen e fè rechèch dèyè peche m?
JOB 10:7 Malgre Ou konnen mwen pa koupab, sepandan, nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’”
JOB 10:8 “Se men Ou ki te fòme mwen nèt. Konsa, èske Ou ta detwi mwen?
JOB 10:9 Sonje, souple, ke Ou te fè m kon ajil. Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?
JOB 10:10 Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen e fè m kaye tankou fwomaj?
JOB 10:11 Ou te abiye mwen ak po avèk chè e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.
JOB 10:12 Ou te ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou. Se swen Ou ki te konsève lespri m.
JOB 10:13 Malgre bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou. Mwen konnen ke sa a se avèk ou:
JOB 10:14 si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen. Ou pa ta akite m de koupabilite mwen.
JOB 10:15 Si mwen mechan, malè a mwen! Epi si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen. Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen.
JOB 10:16 Si tèt mwen ta vin leve wo, Ou ta fè lachas dèyè m tankou yon lyon; epi ankò, Ou ta montre pouvwa Ou kont mwen.
JOB 10:17 Ou renouvle temwayaj Ou kont mwen, e ogmante kòlè Ou vè mwen. Dezas monte anwo dezas sou mwen.”
JOB 10:18 “Alò, poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m? Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!
JOB 10:19 Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste, kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo.
JOB 10:20 Èske jou m yo pa kout? Rete! Ralanti sou mwen pou m kab jwenn yon ti kras kè kontan,
JOB 10:21 avan ke m ale—pou mwen pa tounen nan andwa tenèb ak gwo fènwa!
JOB 10:22 Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la, nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”
JOB 11:1 Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn:
JOB 11:2 “Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons? Eske yon nonm pale anpil vin akite?
JOB 11:3 Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale? Lè ou moke, èske nanpwen moun ki pou fè ou wont?
JOB 11:4 Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot, e mwen inosan nan zye Ou.’
JOB 11:5 Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,
JOB 11:6 pou montre ou sekrè a sajès! Paske sajès ki bon gen de bò. Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije tout sa inikite ou merite.
JOB 11:7 “Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye? Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?
JOB 11:8 Yo wo tankou syèl la; kisa ou kab fè? Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?
JOB 11:9 Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.
JOB 11:10 Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble, kilès kap anpeche Li?
JOB 11:11 Paske Li konnen moun ki fò, e Li wè inikite menm san fè ankèt.
JOB 11:12 Yon moun ensanse va vin entèlijan lè pòtre a yon bourik mawon fèt kon yon moun.
JOB 11:13 “Si ou ta vle vin bon, dirije kè ou e lonje men ou vè Li.
JOB 11:14 Si se inikite ki nan men ou, mete l byen lwen. Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.
JOB 11:15 Konsa, anverite, ou ta kab leve figi ou wo san tach. Wi, ou va fidèl nèt e pa oblije gen lakrent.
JOB 11:16 Konsa ou va bliye twoub ou a. Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase. Se konsa ou ta kab sonje li.
JOB 11:17 Lavi ou va pi klè ke midi; malgre gen fènwa a, l ap tankou maten.
JOB 11:18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa. Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.
JOB 11:19 Ou va kouche dòmi e okenn moun p ap deranje ou. Wi, anpil moun va mande favè ou.
JOB 11:20 Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”
JOB 12:1 Job te reponn:
JOB 12:2 Anverite, konsa, se nou menm ki se pèp la. Se ak nou menm tout sajès ap mouri!
JOB 12:3 Men mwen gen lespri menm tankou ou; mwen pa pi ba pase ou. Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo?
JOB 12:4 Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo, sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an. Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.
JOB 12:5 Sila ki alèz la ri sou malè a; men l ap tann pye l chape.
JOB 12:6 Tant volè a fè pwofi, e sila ki pwovoke Bondye byen alez. Se nan men yo pote dye pa yo.
JOB 12:7 “Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou; ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.
JOB 12:8 Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou. Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.
JOB 12:9 Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen ke se men SENYÈ a ki fè sa?
JOB 12:10 Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la, ansanm ak souf tout limanite a.
JOB 12:11 Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl, menm jan ke bouch la goute manje li a?
JOB 12:12 Sajès rete ak granmoun; yon lavi ki long gen bon konprann.
JOB 12:13 “Avèk Bondye se sajès ak pwisans. A Li menm se konsèy avèk bon konprann.
JOB 12:14 Gade byen, se Li menm ki detwi; e sa p ap kab rebati. Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li.
JOB 12:15 Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt; Li voye yo deyò pou yo inonde latè a.
JOB 12:16 Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon; sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo, tou de se pou Li.
JOB 12:17 Li fè konseye yo mache pye atè e fè jij yo antre nan foli.
JOB 12:18 Li detache chenn ki mare wa yo, e mare senti yo ak yon sentiwon.
JOB 12:19 Li fè prèt yo mache san rad, e boulvèse sila ki ansekirite yo.
JOB 12:20 Li fè moun konfyans pa kab pale, e retire bon jijman a ansyen yo.
JOB 12:21 Li vide mepriz sou prens yo, e lache senti a pwisan yo.
JOB 12:22 Li devwale mistè ki nan tenèb yo, e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a.
JOB 12:23 Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo. Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale.
JOB 12:24 Li rache lespri a chèf pèp latè yo, e fè yo egare nan yon savann san chemen.
JOB 12:25 Yo tatonnen nan fènwa a san limyè. Li fè yo kilbite tankou moun sou.
JOB 13:1 “Veye byen, zye m gen tan wè tout sa. Zòrèy mwen tande e konprann li.
JOB 13:2 Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou; mwen pa pi ba pase ou.
JOB 13:3 “Men mwen ta pale ak Toupwisan an; mwen vle diskite ak Bondye.
JOB 13:4 Men nou sal moun ak manti. Se yon bann doktè sanzave nou ye.
JOB 13:5 Oswa pito ke ou ta rete an silans nèt; ke sa ta sèvi kon sajès ou!
JOB 13:6 Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.
JOB 13:7 Èske ou kab pale pou Bondye sa ki pa jis, e pale sa ki manti pou Li?
JOB 13:8 Èske ou va pran ka pa Li? Èske ou va diskite pou Bondye?
JOB 13:9 Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen? Oswa èske ou va twonpe Li kon yon moun konn twonpe yon moun?
JOB 13:10 Anverite, Li va repwoche ou si ou apiye yon bò ak patripri.
JOB 13:11 Èske majeste Li p ap bay ou lakrent? Laperèz Li p ap tonbe sou ou?
JOB 13:12 Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann; defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.
JOB 13:13 “Rete an silans devan m pou m kab pale; epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
JOB 13:14 Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m e mete lavi m nan men m?
JOB 13:15 Malgre Li ta touye mwen, mwen va mete espwa m nan Li. Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L.
JOB 13:16 Se sa, anplis, ki va delivrans mwen; paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.
JOB 13:17 Koute pawòl mwen byen pre e kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.
JOB 13:18 Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an; mwen konnen ke mwen va jistifye.
JOB 13:19 Se kilès ki va diskite kont mwen? Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.
JOB 13:20 “Se sèl de bagay pou pa fè mwen; konsa mwen p ap kache devan figi Ou:
JOB 13:21 Retire men Ou sou mwen e pa kite laperèz Ou fè m sezi.
JOB 13:22 Epi rele e mwen va reponn; oswa kite m pale epi reponn mwen.
JOB 13:23 Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo avèk peche m yo? Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
JOB 13:24 Poukisa Ou kache figi Ou e konsidere m kon lènmi Ou?
JOB 13:25 Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble? Oswa èske Ou va kouri dèyè pay van an seche a.
JOB 13:26 Paske Ou ekri bagay anmè kont mwen e fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.
JOB 13:27 Ou mete pye m nan chenn e ou veye tout chemen mwen yo. Ou limite distans pla pye m kab rive,
JOB 13:28 pandan mwen ap dekonpoze kon yon bagay k ap pouri, kon yon vètman ki manje pa mit.”
JOB 14:1 Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.
JOB 14:2 Tankou yon flè, li parèt e li fennen. Anplis, li sove ale kon lonbraj. Li pa dire.
JOB 14:3 Èske Ou ouvri zye Ou sou li pou mennen li an jijman avèk Ou?
JOB 14:4 Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp? Pèsòn!
JOB 14:5 Konsi fòs jou li yo avèk Ou, fòs mwa li yo avèk Ou. Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.
JOB 14:6 Retire zye Ou sou li pou l kab pran repo, jiskaske li kab konplete jou li yo, kon yon ouvriye jounalye.
JOB 14:7 Gen espwa pou yon pyebwa lè l koupe, li kab boujonnen ankò, nouvo boujon yo kab reyisi.
JOB 14:8 Malgre rasin li yo vin vye nan tè a, e chouk li mouri nan tè sèch,
JOB 14:9 fè rive yon gout dlo, e li va pete pouse boujon yo kon yon plant.
JOB 14:10 Men lòm mouri pou kouche plat. Lòm mouri e kibò li ye?
JOB 14:11 Tankou dlo lanmè fè vapè monte e rivyè a vin sèch,
JOB 14:12 konsa lòm kouche, e li pa leve ankò. Jiskaske syèl yo vin disparèt, li p ap reveye, ni leve ankò.
JOB 14:13 O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an, pou ou ta kapab fè m kache jiskaske chalè Ou retounen kote Ou! Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m!
JOB 14:14 Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò? Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann jiskaske lè rive pou yo lage m.
JOB 14:15 Ou ta rele e mwen ta reponn Ou; Konsa, Ou ta anvi anpil zèv men Ou yo.
JOB 14:16 Paske koulye a, ou konte tout pa mwen fè yo. Èske Ou pa swiv peche m yo?
JOB 14:17 Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè Konsa, Ou vlope tout inikite m yo.
JOB 14:18 Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa fè anyen; wòch la ap kite plas li.
JOB 14:19 Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè tè a. Se konsa Ou detwi espwa a lòm.
JOB 14:20 Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan, e li pati; Ou chanje aparans li, e voye l ale.
JOB 14:21 Fis li yo vin resevwa lonè, men li menm pa konnen sa; oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa.
JOB 14:22 Men kò l fè mal; epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.
JOB 15:1 Epi Éliphaz Temanit lan te reponn:
JOB 15:2 Èske yon nonm saj ta dwe bay repons ak konesans ki sòti nan van, e ki plen tèt li avèk van lès?
JOB 15:3 Èske li ta diskite ak pale initil, oswa ak pawòl ki pa gen valè?
JOB 15:4 Anverite, ou manke respè Bondye e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.
JOB 15:5 Paske se koupabilite ou ki enstwi bouch ou, e ou chwazi langaj a rizye yo.
JOB 15:6 Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen; epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou.
JOB 15:7 “Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a, oswa èske ou te fèt avan tout kolin yo?
JOB 15:8 Èske ou konn tande konsèy sekrè a Bondye yo, oswa èske tout sajès se pou ou sèl?
JOB 15:9 Kisa ou konnen ke nou pa konnen? Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann?
JOB 15:10 Genyen ni granmoun ak moun cheve blanch pami nou, ki pi gran pase papa ou.
JOB 15:11 Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou, menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?
JOB 15:12 Poukisa akè ou pote ou rive lwen konsa? Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?
JOB 15:13 Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?
JOB 15:14 Kisa lòm nan ye pou li ta kab san tach, oswa sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?
JOB 15:15 Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan sen Li yo e menm syèl yo pa san tach nan zye Li;
JOB 15:16 konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi; lòm ki bwè inikite kon dlo a!
JOB 15:17 “M ap di ou, koute m byen; sa mwen konn wè, anplis m ap deklare li;
JOB 15:18 sa ke moun saj konn pale e ki pa t kache sòti de papa pa yo,
JOB 15:19 A sila yo menm sèl ke tè a te donnen, e pa t gen etranje ki te pase pami yo.
JOB 15:20 Moun mechan an vire tounen nan pwòp doulè li tout tan, e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole.
JOB 15:21 Bri laperèz sone nan zòrèy li. Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.
JOB 15:22 Li pa gen espwa sòti nan tenèb la. Desten li se nepe.
JOB 15:23 Li mache egare pou chache manje epi di: ‘Kote li ye?’ Konsa, li konnen ke jou tenèb la gen tan rive.
JOB 15:24 Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz. Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.
JOB 15:25 Paske li fin lonje men l kont Bondye e aji ak awogans kont Toupwisan an.
JOB 15:26 Li kouri kou rèd sou li tèt avan avèk gwo boukliye li.
JOB 15:27 Paske li fin kouvri figi li ak grès li, e fè kwis li vin lou ak chè.
JOB 15:28 Li te viv nan vil dezole yo, nan kay kote pèsòn pa ta rete yo, ki fèt pou vin dekonble nèt.
JOB 15:29 Li p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire; tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè.
JOB 15:30 Li p ap chape nan tenèb la. Flanm nan va seche tout boujon li yo. Kon souf bouch li, lap wale nèt.
JOB 15:31 Pa kite li mete konfyans nan gwo vid la. Sa a ta yon desepsyon; paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.
JOB 15:32 Sa va vin rive avan lè li. Branch palmis li p ap vèt.
JOB 15:33 Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen an, e va jete flè li kon pye oliv la.
JOB 15:34 Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril, epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
JOB 15:35 Yo plante mal la, e yo rekòlte inikite; epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”
JOB 16:1 Epi Job te reponn:
JOB 16:2 Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo; move konsolatè nou tout ye.
JOB 16:3 Èske pa gen limit sou pawòl kap pouse van an? Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn?
JOB 16:4 Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou. Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou e souke tèt mwen sou ou.
JOB 16:5 Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen, e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou.
JOB 16:6 Mem si mwen pale sa pa redwi doulè m; si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?
JOB 16:7 Men koulye a, Li fin fatige m nèt; Ou, Bondye, te gate tout zanmi m yo.
JOB 16:8 Ou te fè m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen. Epi jan mwen vin mèg, leve kont mwen. Li fè temwayaj devan figi mwen.
JOB 16:9 Kòlè Li fin chire mwen e chase m jis atè, Li te modi blese m ak dan L. Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.
JOB 16:10 Yo te gade m, bouch yo louvri. Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz; yo te oganize yo menm kont mwen.
JOB 16:11 Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo, e te jete mwen nan men a mechan yo.
JOB 16:12 Mwen te alèz, men Li te brize mwen, Li te sezi mwen nan kou e te souke mwen jiskaske m fè mòso; anplis li te fè m objè tiraj.
JOB 16:13 Flèch Li yo antoure mwen. San pitye Li fann ren mwen ouvri nèt. Li vide fyèl mwen atè.
JOB 16:14 Li kase antre brèch pa brèch; Li kouri sou mwen kon yon jeyan.
JOB 16:15 Mwen te koud twal sak sou kò m epi pouse kòn mwen antre nan pousyè.
JOB 16:16 Figi mwen vin wouj akoz kri mwen yo e pòpyè zye m vin fonse nwa,
JOB 16:17 Malgre nanpwen vyolans nan men m, e priyè mwen yo san tach.
JOB 16:18 O latè a, pa kouvri san kò mwen. Pa bay plas pou kriye m yo pran repo.
JOB 16:19 Menm koulye a, gade byen, temwen m se nan syèl la. Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo.
JOB 16:20 Se zanmi mwen yo k ap moke m. Zye m kriye a Bondye.
JOB 16:21 O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye, kon yon moun plede ak vwazen li!
JOB 16:22 Paske lè kèk ane fin pase, m ap prale nan chemen ki pap retounen an.
JOB 17:1 “Lespri m fin kase. Jou m yo etenn; tonbo a pare pou mwen.
JOB 17:2 Anverite mokè yo avè m, e zye m fikse sou pwovokasyon yo.
JOB 17:3 “Depoze la koulye a, yon sekirite. Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm. Se kilès ki kab antann avè m?
JOB 17:4 Paske Ou te anpeche kè yo konprann; pou sa, ou p ap egzalte yo.
JOB 17:5 Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la, menm zye pitit li yo va vin gate.
JOB 17:6 “Men Li te fè m vin tounen yon vye pwovèb pou pèp la. Konsa, yo vin krache sou figi m.
JOB 17:7 Anplis, zye m vin pa wè klè akoz doulè m, e tout nanm mwen tankou lonbraj.
JOB 17:8 Moun ladwati va byen twouble ak sa, e linosan an va leve li menm kont enkwayan yo.
JOB 17:9 Malgre, moun dwat la va kenbe chemen li e sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.
JOB 17:10 Men nou tout, retounen; malgre mwen pa twouve yon nonm saj pami nou.
JOB 17:11 Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt, menm dezi a kè mwen yo.
JOB 17:12 Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen. Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.
JOB 17:13 Si mwen chache Sejou mò yo kon lakay mwen, si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;
JOB 17:14 Si mwen kriye a fòs tonbo a: ‘Se ou ki papa m’; epi a vè a: “Ou se manman m ak sè m’;
JOB 17:15 Alò, koulye a, se kibò espwa mwen ye? Epi se kilès k ap okipe espwa m?
JOB 17:16 Èske espwa m va desann avèk mwen nan Sejou Lanmò yo? Èske se ansanm n ap desann nan pousyè a?”
JOB 18:1 Epi Bildad, Shuach la te reponn:
JOB 18:2 “Pou jiskilè ou va chase pawòl? Montre bon sans ou pou nou kab pale.
JOB 18:3 Poukisa nou gade tankou bèt, tankou sòt nan zye ou?
JOB 18:4 O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou, èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone, oswa wòch la deplase nan plas li?
JOB 18:5 “Anverite, limyè a mechan an va etenn, e flanm dife li pap bay limyè.
JOB 18:6 Limyè nan tant li an vin fènwa, e lanp li etenn sou li.
JOB 18:7 Gran pa dyanm li yo vin kout, e pwòp manèv li a vin desann li.
JOB 18:8 Paske li tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li e li mache sou filè a.
JOB 18:9 Yon pèlen pran l pa talon, e yon filè vin fèmen sou li.
JOB 18:10 Yon pyèj kache pou li nan tè a, e yon zatrap sou chemen li.
JOB 18:11 Patou laperèz fè l sezi e kouri dèyè l nan chak pa ke li fè.
JOB 18:12 Fòs li vin epwize e gwo dega parèt akote li.
JOB 18:13 Kò li devore pa maladi; premye ne lanmò a devore manm kò li yo.
JOB 18:14 Li fin chire soti nan sekirite tant li an e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.
JOB 18:15 Anyen pa rete nan tant li ki pou li; souf gaye toupatou sou abitasyon li.
JOB 18:16 Rasin li vin sèch anba li, e branch li fin koupe pa anwo.
JOB 18:17 Memwa li fin disparèt sou tè a men li pa gen non nan okenn lòt peyi.
JOB 18:18 Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb, e chase jis deyò mond kote moun rete a.
JOB 18:19 Li pa gen ni desandan ni posterite pami pèp li a, ni okenn moun ki rete kote li te demere.
JOB 18:20 Sila nan lwès yo vin revòlte de desten li e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.
JOB 18:21 Anverite, se konsa abitasyon a mechan yo ye a. Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a.”
JOB 19:1 Epi Job te reponn:
JOB 19:2 Pou konbyen de tan, nou va toumante m, e kraze mwen avèk pawòl yo?
JOB 19:3 Dis fwa sa yo nou te ensilte m; nou pa menm wont fè m tò.
JOB 19:4 Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.
JOB 19:5 Si anverite nou vin ògeye kont mwen, e fè m wè prèv a gwo wont mwen,
JOB 19:6 alò, konnen byen ke Bondye te fè m tò, e te fèmen pèlen Li an antoure mwen.
JOB 19:7 “Gade byen, mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons. Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.
JOB 19:8 Li te bare chemen mwen pou m pa kab pase, e Li te mete fènwa sou pa m yo.
JOB 19:9 Li te retire lonè sou mwen e te retire kouwòn nan sou tèt mwen.
JOB 19:10 Li kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt; Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.
JOB 19:11 Anplis, Li te limen lakòlè Li kont mwen e te konsidere m kon lènmi Li.
JOB 19:12 Lame Li a vin rasanble pou bati chemen pa yo kont mwen. Yo fè kan kap antoure tant mwen an.
JOB 19:13 “Li te retire frè m yo byen lwen mwen e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.
JOB 19:14 Fanmi mwen yo vin fè fayit e pi pwòch zanmi m yo te bliye m.
JOB 19:15 Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo konsidere m kon yon etranje. Mwen se yon etranje menm nan zye yo.
JOB 19:16 Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn; mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.
JOB 19:17 Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen, e mwen vin abominab a pwòp frè m.
JOB 19:18 Timoun yo meprize mwen. Mwen leve e yo pale kont mwen.
JOB 19:19 Tout asosye m yo etone ak krent devan m. Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.
JOB 19:20 Zo m yo kole sou po m ak chè m; se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.
JOB 19:21 “Gen pitye pou mwen, gen pitye, O nou menm ki zanmi mwen yo, paske men Bondye vin frape mwen.
JOB 19:22 Poukisa n ap pèsekite mwen menm tankou Bondye e pa satisfè ak chè mwen.
JOB 19:23 O ke pawòl mwen yo te ekri! O ke yo te enskri nan yon liv!
JOB 19:24 Ke avèk pwent plim ak plon, yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!
JOB 19:25 Men pou mwen, mwen konnen ke Redanmtè mwen an vivan. Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.
JOB 19:26 Menm lè po m fin detwi, malgre chè m fin sòti, mwen va wè Bondye nan chè a;
JOB 19:27 ke mwen, mwen menm va wè, ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje. “Kè m vin fèb anndan m.
JOB 19:28 Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’ pwiske rasin ka sa a se nan mwen,’
JOB 19:29 fè lakrent nepe a pou kont nou, paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a. Fòk nou kab konnen, gen jijman.”
JOB 20:1 Epi Tsophar, Naamatit lan, te reponn:
JOB 20:2 “Akoz sa a, tout refleksyon k ap boulvèse m yo, fè m fè repons, menm akoz tout anndan m tèlman ajite.
JOB 20:3 Mwen tande repwòch ki fè m wont. Konsa, lespri bon konprann mwen fè m reponn.
JOB 20:4 Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan tan ansyen an, depi lòm te mete sou latè,
JOB 20:5 Ke viktwa a mechan yo kout, e jwa a enkwayan an se pou yon moman?
JOB 20:6 Malgre wotè li ta rive nan syèl la, pou tèt li ta touche nwaj yo,
JOB 20:7 l ap peri nèt tankou fatra. Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’
JOB 20:8 Li vole ale tankou yon rèv, e yo pa kab jwenn li. Menm tankou yon rèv lannwit, li fin chase ale.
JOB 20:9 Zye ki te wè l la pa wè l ankò, e plas li a pa gade li ankò.
JOB 20:10 Fis li yo fè byen pou malere yo, e men yo remèt byen li yo.
JOB 20:11 Zo li yo plen ak fòs jenès li, men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.
JOB 20:12 “Sepandan, mechanste dous nan bouch li e li kache li anba lang li,
JOB 20:13 Li pito mal la, e refize lage l, men kenbe li nan bouch li,
JOB 20:14 men manje nan vant li vire. Li tounen pwazon vipè anndan l.
JOB 20:15 Li te vale richès, men vomi fè yo retounen vin parèt. Bondye va fè yo sòti nan vant li.
JOB 20:16 Li souse pwazon koulèv yo; lang a vipè a kap touye li.
JOB 20:17 Li pa gade dlo yo ankò, ni rivyè ki koule yo ak siwo ak bòl lèt yo.
JOB 20:18 Li remèt sa ke li te pran an. Li pa kab vale l. Afè richès a komès li yo, li pa kab menm rejwi de yo.
JOB 20:19 Paske li te oprime e abandone malere yo. Li te sezi yon kay ke li pa t bati.
JOB 20:20 “Akoz li pa t kab kalme kè l, li pat kab kenbe anyen nan sa li renmen.
JOB 20:21 Anyen pat rete ke li pat devore; akoz sa a, byen li yo pat dire.
JOB 20:22 Ranpli ak tout bagay li, li va jennen; men a tout moun ki soufri yo va vini kont li.
JOB 20:23 Lè li plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li. Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje.
JOB 20:24 Li kapab sove ale devan zam fèt ak fè a, men banza fèt an bwonz lan va tire frennen l.
JOB 20:25 L ap rale sòti parèt dèyè do li, menm pwent glise a soti nan fyèl li. Gwo laperèz va parèt sou li.
JOB 20:26 Fènwa nèt rezève kon trezò li, e flanm dife san van an va devore li. Li va manje tout sa ki rete nan tant li an.
JOB 20:27 Syèl yo va revele inikite li e tè a va leve kont li.
JOB 20:28 Riches lakay li va pati, posesyon li yo va ale nan jou kòlè Li a.
JOB 20:29 Sa se pòsyon a moun mechan k ap sòti nan men Bondye, sa se eritaj ke Bondye òdone pou bay li.”
JOB 21:1 “Konsa, Job te reponn:
JOB 21:2 Koute pawòl mwen byen pre; kite sa sèvi tankou chemen pou konsole.
JOB 21:3 Pran pasyans pou m kab pale, epi tann lè m fini pou ou kab giyonnen m.
JOB 21:4 Pou mwen, èske plent mwen an se anvè yon nonm? Epi poukisa mwen pa ta dwe manke pasyans?
JOB 21:5 Gade mwen! Vin etone! Kouvri bouch ou ak men ou!
JOB 21:6 Lè m sonje, mwen twouble. Chè m vin ranpli ak laperèz.
JOB 21:7 “Poukisa mechan yo viv toujou, vin vye e vin pwisan nèt?
JOB 21:8 Desandan yo vin etabli pou yo ka wè yo, ak pitit pa yo devan zye yo.
JOB 21:9 Lakay yo pwoteje kont laperèz, e baton Bondye pa janm rive sou yo.
JOB 21:10 Towo yo toujou kouple san manke. Vach yo fè pitit e pa fè foskouch.
JOB 21:11 Yo mete pitit yo deyò tankou yon bann. Yo flannen e danse toupatou.
JOB 21:12 Yo chante ak tanbouren avèk ap, e rejwi ak son flit la.
JOB 21:13 Yo pase jou yo nan byen reyisi. Epi konsa yo desann nan Sejou Lanmò Yo.
JOB 21:14 Yo di Bondye: ‘Kite nou!’ Nou pa menm vle konnen chemen Ou yo.
JOB 21:15 ‘Se kilès Toupwisan an ye pou nou ta sèvi Li, e ki rekonpans nou ta twouve si nou ta priye anvè Li?’
JOB 21:16 Gade byen, bonè pa yo pa rete nan men yo; konsèy a mechan yo lwen mwen.
JOB 21:17 “Èske se souvan ke lanp a mechan yo etenn? Èske malè konn vin tonbe sou yo? Èske Bondye mezire destriksyon nan lakòlè Li?
JOB 21:18 Èske se tankou pay nan van yo ye vrè, pay ke van pouse ale?
JOB 21:19 Ou di ke ‘Bondye konsève inikite a yon nonm pou fis li yo.’ Kite Bondye rekonpanse li menm pou l konnen sa.
JOB 21:20 Kite pwòp zye pa li wè lè l pouri gate. Kite li bwè lakòlè Bondye.
JOB 21:21 Paske ki konsiderasyon ki genyen pou lakay sila ki swiv li a, lè fòs kantite mwa li yo vin koupe?
JOB 21:22 “Èske gen moun kab bay Bondye konesans? Se Li menm ki jije sila anwo yo.
JOB 21:23 Yon moun mouri ak tout fòs li, byen alèz e kal;
JOB 21:24 Tout bokal li yo plen lèt e tout mwèl zo l li byen mou,
JOB 21:25 Pandan yon lòt mouri ak yon nanm anmè, e pa janm goute nan sa ki bon.
JOB 21:26 Ansanm yo kouche nan pousyè a e vè vin kouvri yo.
JOB 21:27 “Gade byen, mwen konnen sa ou ap panse ak plan nou sèvi pou fè m tò yo.
JOB 21:28 Paske ou ap di: ‘Kote kay a prens lan e kote tant kote mechan an rete a?’
JOB 21:29 Èske nou pa janm mande vwayajè yo? Èske nou pa konnen temwayaj yo bay?
JOB 21:30 Paske mechan an, li menm, konsève pou gwo jou malè a; Y ap vin parèt nan jou kòlè a.
JOB 21:31 Se kilès ki va fè l repwòch pou zak li yo? E kilès ki va rekonpanse li pou sa l fè?
JOB 21:32 Pandan l ap pote nan tonbo a, y ap veye tonm li.
JOB 21:33 Bòl tè vale a va kouvri l ak tout dousè; anplis, tout moun va swiv dèyè li, menm ak gran fòs san kontwòl yo, yo te ale devan l.
JOB 21:34 Konsa, se kijan pou m ta twouve rekonfò nan konsolasyon an ven nou yo? Paske repons nou yo fèt ak manti.”
JOB 22:1 Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:
JOB 22:2 “Èske yon nonm plen kouraj kapab itil a Bondye? Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.
JOB 22:3 Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou, oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?
JOB 22:4 Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye ke L ap repwoche ou? Ke l ap antre nan jijman kont ou?
JOB 22:5 Se pa ke mechanste ou gran e inikite ou yo san limit?
JOB 22:6 Paske ou te pran garanti a frè ou yo san koz e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.
JOB 22:7 A moun fatige yo, ou pa t bay dlo pou bwè e a grangou yo, ou te refize yo pen.
JOB 22:8 Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an, e se moun entèg ki viv ladann.
JOB 22:9 Ou te voye vèv yo ale men vid e te kraze fòs a òfelen yo.
JOB 22:10 Akoz sa, pèlen yo antoure ou, e laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,
JOB 22:11 oswa se fènwa pou ou pa kab wè ak anpil dlo ki kouvri ou.
JOB 22:12 “Èske Bondye pa nan wotè syèl la? Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!
JOB 22:13 Ou di: ‘Kisa Bondye konnen? Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?
JOB 22:14 Nwaj yo se yon plas pou L kab kache, pou L pa kab wè. Se anwo plafon syèl la l ap mache.’
JOB 22:15 Èske ou va kenbe ansyen chemen a, kote mesye mechan yo te mache,
JOB 22:16 ki te rachte avan lè yo, ki te lese fondasyon ki lave a retire nèt pa rivyè a?
JOB 22:17 Yo te di a Bondye: ‘Kite nou!’, Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’
JOB 22:18 Sepandan, Li te ranpli lakay yo ak bon bagay; men konsèy a mechan yo lwen m.
JOB 22:19 Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan. Inosan yo moke yo.
JOB 22:20 Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt. E dife a fin manje retay yo.’
JOB 22:21 “Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L; se konsa, sa ki bon va rive kote ou.
JOB 22:22 Souple, resevwa enstriksyon nan bouch Li e etabli pawòl Li yo nan kè ou.
JOB 22:23 Si ou retounen bò kote Toupwisan an, ou va restore, si ou retire inikite a byen lwen tant ou.
JOB 22:24 Mete richès ou nan pousyè a, lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo.
JOB 22:25 Alò, se Toupwisan an ki va richès ou, e pi bèl ajan pou ou.
JOB 22:26 Paske konsa ou va rejwi nan Toupwisan an, e leve figi ou vè Bondye.
JOB 22:27 Ou va priye a Li menm, e Li va tande ou. Ou va peye ve ou yo.
JOB 22:28 Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou; konsa limyè va briye sou wout ou.
JOB 22:29 Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans, e moun ki enb lan, Li va sove li.
JOB 22:30 Li va delivre menm sila ki pa inosan yo, e delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”
JOB 23:1 Alò, Job te reponn:
JOB 23:2 Menm jodi a, plent mwen yo se rebelyon. Men Li rete lou malgre tout plent mwen yo.
JOB 23:3 O ke m ta kab konnen kibò mwen ta kab twouve Li, pou m ta kab pwoche chèz Li a!
JOB 23:4 Mwen ta prezante ka m nan devan L, e plen bouch mwen ak diskou yo.
JOB 23:5 Mwen ta vin aprann pawòl ke Li ta reponn yo e apèsi sa Li ta di m.
JOB 23:6 Èske Li ta sèvi gran fòs Li pou goumen ak mwen? Non, anverite, Li ta koute mwen.
JOB 23:7 La, moun ladwati yo ta rezone avè L; epi mwen ta delivre jis pou tout tan de Jij mwen an.
JOB 23:8 Men gade, mwen fè avan, men Li pa la, e mwen fè bak, men mwen pa kab twouve Li.
JOB 23:9 Lè L aji agoch, mwen pa kab wè Li. Li vire adwat, mwen pa wè L.
JOB 23:10 Men Li konnen chemen ke m pran an. Li fè m pase a leprèv, e mwen va sòti tankou lò.
JOB 23:11 Pye m te kenbe fèm a pa Li. Mwen te kenbe chemen Li an, e mwen pa t vire akote.
JOB 23:12 Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo. Mwen te kenbe pawòl a bouch Li kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.
JOB 23:13 Men pa gen lòt tankou Li; se kilès ki kab kanpe kont Li? Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.
JOB 23:14 Paske li acheve sa ki deziye pou mwen an. Se anpil dekrè konsa ki rete avè L.
JOB 23:15 Pou sa, mwen deranje nèt nan prezans Li. Lè m kalkile, Li fè m pè anpil.
JOB 23:16 Se Bondye ki fè kè m sote. Se Toupwisan an ki deranje m konsa.
JOB 23:17 Akoz mwen pat koupe retire nèt avan fènwà a, ni Li pat kouvri gwo tenèb la devan figi m.
JOB 24:1 “Poukisa Toupwisan an pa mete tan nan rezèv? E poukisa sila ki konnen Li yo pa wè jou Li yo?
JOB 24:2 Kèk retire limit bòn yo. Yo sezi e devore bann mouton yo.
JOB 24:3 Yo pouse fè ale bourik a òfelen yo, yo pran bèf a vèv la kon garanti.
JOB 24:4 Yo pouse endijan yo akote wout la. Malere peyi a oblije kache nèt.
JOB 24:5 Gade byen, kon bourik mawon nan dezè a, yo vin parèt pou chache manje. Dezè a bay yo anpil manje pou pitit yo.
JOB 24:6 Yo rekòlte nan chan a lòt yo, e ranmase nan chan rezen a mechan yo.
JOB 24:7 Yo pase lannwit lan toutouni san rad, e yo pa gen pwotèj kont fredi a.
JOB 24:8 Yo mouye ak lapli mòn yo, e yo anbrase wòch yo akoz mank pwotèj yo.
JOB 24:9 Lòt yo sezi òfelen an soti nan tete a, e kont malere a, yo pran garanti.
JOB 24:10 Se yo ki koz malere a ale toutouni san rad, k ap pote pakèt akoz grangou.
JOB 24:11 Anndan miray moun sa yo, yo pwodwi lwil. Yo foule li nan preswa, men yo swaf.
JOB 24:12 Depi nan vil la, moun yo plenyen fò, e nanm a sila ki blese yo pouse gwo plent, men Bondye pa prete atansyon de foli sa a.
JOB 24:13 “Gen lòt moun ki fè rebèl kont limyè a. Yo pa vle konnen pa li, ni rete nan chemen li yo.
JOB 24:14 Asasen an leve granmmaten. Li touye malere a ak endijan an. Nan lannwit, se yon vòlè li ye.
JOB 24:15 Zye adiltè a tann lannwit rive; li di: ‘Zye p ap janm wè m.’ Li kouvri figi li.
JOB 24:16 Nan fènwa, yo fouye anndan kay yo. Yo fèmen yo menm pandan jounen an. Yo pa konnen limyè.
JOB 24:17 Paske pou li maten se menm jan ak fènwa a byen pwès, tèlman li abitye ak gwo perèz nan fènwa pwès la.
JOB 24:18 “Se kim yo ye k ap monte sou dlo. Pòsyon pa yo modi sou latè. Yo pa tankou chan rezen yo.
JOB 24:19 Sechrès ak chalè manje dlo lanèj la. Menm jan tou, Sejou Lanmò fè sila ki te peche yo.
JOB 24:20 Vant manman an va bliye li. Vè va manje li byen dous, jiskaske moun pa sonje l ankò. Konsa, mechanste la va kase tankou yon pyebwa.
JOB 24:21 Li fè tò a fanm esteril la. Li pa gen mizerikòd pou li.
JOB 24:22 Men Bondye konsève pwisan an pa lafòs Li. Li vin gwo, men lavi li pa asire.
JOB 24:23 Bondye bay yo sekirite e yo repoze ladan l. Zye Li veye tout sa yo fè.
JOB 24:24 Yo leve wo pou yon ti tan, e yo ale. Konsa, yo vin rale ba e tankou tout lòt bagay, yo pote ale. Menm tankou tèt sereyal, yo koupe, yo retire.
JOB 24:25 Alò, si se pa konsa li ye, se kilès ki kab fè prèv ke m bay manti, oswa anile pawòl mwen yo?”
JOB 25:1 Alò, Bildad, Shouachyen an te reponn:
JOB 25:2 Tout pouvwa ak lakrent apatyen a Sila ki etabli lapè nan wotè Li yo.
JOB 25:3 Èske fòs kantite sòlda Li yo kab kontwole? Epi sou kilès ke limyè Li pa leve?
JOB 25:4 Konsa, se kijan yon nonm kapab dwat devan Bondye? Oswa, kijan sila ki te fèt de fanm nan kapab vin pwòp?
JOB 25:5 Nan zye pa Li, menm lalin pa klè, ni zetwal yo pa pwòp,
JOB 25:6 Konbyen, anmwens lòm, yon vè, ak fis la a lòm nan, vè a menm nan!
JOB 26:1 Epi Job te reponn:
JOB 26:2 Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo! Kèl sekou ou te bay a bra ki te san fòs la!
JOB 26:3 Kèl konsèy ou te bay a sila ki san sajès la! Kèl kalite bèl eklèsisman ou te bay an abondans!
JOB 26:4 Se a kilès ou t ap eksprime pawòl sa yo menm? Epi se lespri a kilès ki te enspire ou menm?
JOB 26:5 Lespri mò yo tranble anba dlo yo avèk tout sila ki rete ladann yo.
JOB 26:6 Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye. Labim nan pa gen kouvèti.
JOB 26:7 Li lonje rale zetwal nò a sou espas vid. Li fè mond lan pandye san anyen p ap kenbe l.
JOB 26:8 Li vlope dlo yo nan nwaj Li yo, e nwaj la pa pete anba fòs yo.
JOB 26:9 Li fè kache figi gwo lalin nan e gaye nwaj Li sou li.
JOB 26:10 Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo, ak pou limit tenèb la ak limyè a.
JOB 26:11 Pilye syèl yo tanmen tranble, e yo etone lè L repwòche yo.
JOB 26:12 Ak pwisans Li, li kalme lanmè a, e ak bon konprann Li, li te brize Rahab.
JOB 26:13 Ak souf Li, li dekore syèl yo. Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.
JOB 26:14 Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo. Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li! Men tonnè pwisans Li an! Se kilès ki kab konprann li?
JOB 27:1 Alò, Job te kontinye diskou li. Li te di:
JOB 27:2 Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m, Toupwisanki te fè m gen nanm anmè a,
JOB 27:3 paske tan lavi toujou nan mwen. Souf Bondye la nan nen m.
JOB 27:4 Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat, ni lang mwen pa p pale manti.
JOB 27:5 Fòk se lwen m pou m ta bay ou rezon. Jiskaske m mouri, mwen p ap lage entegrite m.
JOB 27:6 Mwen kenbe fèm a ladwati mwen. Mwen p ap lage l menm. Kè m pa repwoche m depi gen lavi ladan m.
JOB 27:7 “Kite lènmi m kapab tankou mechan a. Kite sila ki leve kont mwen, san jistis.
JOB 27:8 Paske ki espwa sila ki san Bondye a genyen lè l koupe retire nèt, lè Bondye fè l oblije bay lavi li?
JOB 27:9 Èske Bondye va tande kri li lè malè rive li?
JOB 27:10 Èske li va pran plezi nan Toupwisan an? Èske li va rele non Bondye a nan tout tan sa yo?
JOB 27:11 Mwen va enstwi ou nan pwisans Bondye. Pwojè Toupwisan an, mwen p ap kache l.
JOB 27:12 Gade byen, nou tout gen tan wè sa. Ebyen, poukisa nou aji nan foli?
JOB 27:13 “Sa se pòsyon a moun mechan an ki va sòti Bondye, ak eritaj ke mechan yo va resevwa nan men Toupwisan an.
JOB 27:14 Malgre fis li yo anpil, yo destine pou nepe. Konsa, desandan li yo ap toujou manke pen.
JOB 27:15 Sila ki swiv li yo va antere nan lamò e vèv li yo p ap kriye pou li.
JOB 27:16 Malgre li fè gwo pil ajan an vin tankou se tè e prepare vètman anpil tankou ajil,
JOB 27:17 li kab prepare l, men se moun ladwati yo k ap mete li, se inosan yo k ap divize ajan an.
JOB 27:18 Li te bati kay li tankou papiyon, oswa tankou kay poto gadyen te fè.
JOB 27:19 Li kouche byen rich, men li pa janm vin genyen ankò; li ouvri zye li, men li pa la.
JOB 27:20 Gwo laperèz yo rive pran l tankou yon flèv. Yon move tan vole retire l pandan lannwit.
JOB 27:21 Van lès la pote l ale e li pati. Li fè l vire tounen kite plas li.
JOB 27:22 Paske l ap plonje sou li san epanye, pandan li eseye envite l chape nan men l.
JOB 27:23 Pèp la va bat men yo sou li. Yo va sifle sou li kon koulèv, pou li kite plas li a.”
JOB 28:1 Anverite, gen yon min pou ajan e yon plas pou rafine lò.
JOB 28:2 Fè retire nan pousyè a e kwiv la fonn soti nan wòch la.
JOB 28:3 Lòm fè tenèb la pati, e rive jis nan dènye limit lan. Li chache twouve wòch kap kache a, ak nan pwofon fènwa.
JOB 28:4 Li fouye yon twou fon byen lwen kote moun rete, kote ki bliye nèt pa pye moun. Konsa, yo pandye, yo balanse byen lwen limanite.
JOB 28:5 Pou tè a, depi nan li, manje sòti, men anba, li boulvèse tankou dife.
JOB 28:6 Wòch li se sous a pyè safi yo. Epi nan pousyè li, genyen lò.
JOB 28:7 Chemen li pa rekonèt pa koukou, ni zye grigri pa janm wè l.
JOB 28:8 Bèt pi fewòs yo pa mache la, ni lyon pa pase sou li.
JOB 28:9 Li mete men li sou wòch silèks la. Li chavire mòn yo soti nan baz yo.
JOB 28:10 Li kreve kanal ki pase nan wòch yo, e zye li wè tout sa ki presye.
JOB 28:11 Li bouche flèv yo pou dlo pa koule e sa ki kache yo, li fè yo parèt nan limyè.
JOB 28:12 “Men se kibò yo twouve sajès? Epi kibò yo jwenn sajès la?
JOB 28:13 Lòm pa konnen valè li, ni valè li pa kab twouve nan peyi moun vivan yo.
JOB 28:14 Labim nan di: “Li pa nan mwen”. Lanmè a di: ‘Li pa bò kote m’.
JOB 28:15 Lò pi pa egal ak valè l, ni ajan pa kab peze kon pri li.
JOB 28:16 Valè li pa kab konpare ak lò Ophir, oswa oniks presye, oswa safì.
JOB 28:17 Ni lò ni vit pa egal avè l, ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.
JOB 28:18 Koray ak kristal, bliye sa nèt. Posede sajès se pi wo ke pèl.
JOB 28:19 Topaz a Éthiopie a pa kab konpare avè l; ni li pa kab valorize an lò pi.
JOB 28:20 E byen, se kibò sajès la sòti? Epi kibò anplasman bon konprann nan ye?
JOB 28:21 Konsa, li kache a zye de tout èt vivan yo e kache menm a zwazo syèl yo.
JOB 28:22 Labim nan ak lanmò a pale: ‘Ak zòrèy nou, nou konn tande rapò bagay sa a.’
JOB 28:23 Bondye konprann chemen li e Li konnen plas li.
JOB 28:24 “Paske Li chache jis rive nan dènye pwent latè e wè tout bagay anba syèl yo.
JOB 28:25 Lè L te bay pwa a van an e te divize dlo yo pa mezi,
JOB 28:26 Lè L te etabli yon limit pou lapli e yon chemen pou kout eklè,
JOB 28:27 Li te wè l e Li te deklare li. Li te etabli li e anplis, Li te konprann bout li.
JOB 28:28 Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
JOB 29:1 Ankò, Job te reprann diskou. Li te di:
JOB 29:2 “O ke m te menm jan ke m te ye nan mwa lontan yo! Kon nan jou ke Bondye te bay rega sou mwen yo;
JOB 29:3 Lè lanp Li yo te briye sou tèt mwen, e pa limyè Li, mwen te mache pase nan fènwa a;
JOB 29:4 Jan mwen te ye nan pi bèl nan jou mwen yo, lè amitye Bondye te sou tant mwen an;
JOB 29:5 lè Toupwisan an te toujou avè m, e pitit mwen yo te antoure mwen;
JOB 29:6 lè pa mwen yo te benyen nan bè e wòch la t ap vide ban mwen gwo flèv lwil!
JOB 29:7 Lè m te konn sòti nan pòtay lavil la, pou m te gen chèz mwen sou plas la.
JOB 29:8 Jennonm yo te wè m, e te kache kò yo, e granmoun yo te konn leve kanpe.
JOB 29:9 Prens yo te sispann pale e te mete men yo sou bouch yo.
JOB 29:10 Vwa a moun pwisan yo te rete, e lang yo te kole anlè nan bouch yo.
JOB 29:11 Paske lè zòrèy la te tande m, li te rele m beni, e lè zye a te wè m, li te fè temwayaj benediksyon,
JOB 29:12 akoz mwen te delivre malere ki te kriye pou sekou, avèk òfelen ki pa t gen moun pou ede l la.
JOB 29:13 Benediksyon a sila ki te prèt pou peri yo te rive sou mwen e mwen te fè kè vèv la chante avèk jwa.
JOB 29:14 Mwen te abiye nan ladwati e li te kouvri m; jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.
JOB 29:15 Mwen te sèvi kon zye pou avèg yo, e pye pou sila bwate yo.
JOB 29:16 Mwen te yon papa pou malere a, e ka ke m pa konnen an, mwen te chache twouve bout li.
JOB 29:17 Mwen te kase machwè a mechan an e mwen te retire viktim nan anba dan l.
JOB 29:18 Konsa, mwen te reflechi, “Mwen va mouri nan pwòp kay mwen, e mwen va kontwole jou m yo anpil tankou sab.”
JOB 29:19 Rasin mwen gaye tankou dlo e lawouze kouche tout lannwit sou branch mwen yo.
JOB 29:20 Fòs mwen toujou nèf, e banza m renouvle nan men m.’
JOB 29:21 “Moun yo te koute e te tann. Yo te sispann pale pou tande konsèy mwen.
JOB 29:22 Apre pawòl pa m, yo pa t pale ankò, e pawòl mwen yo te etonnen yo.
JOB 29:23 Yo te tann mwen tankou lapli. Yo te ouvri bouch yo pou bwè, konsi se pou lapli nan sezon prentan.
JOB 29:24 Mwen te souri sou yo lè yo pa t kwè, e limyè a figi m pa t janm vin ba.
JOB 29:25 Mwen te chwazi yon chemen pou yo, te chita tankou chèf, e te demere tankou wa pami sòlda yo, tankou yon moun ki bay rekonfò a sila ki andèy yo.”
JOB 30:1 Men koulye a, sila ki pi jenn pase m ap giyonnen m. Papa a sila mwen pat ta dakò pou mete ansanm ak chen bann mouton yo.
JOB 30:2 Anverite, ki byen fòs men pa yo ta kab fè m? Gwo fòs te deja disparèt nan yo
JOB 30:3 akoz mank bagay ak grangou. Y ap manje tè sèk nan lannwit lan, ak pèt e ak dezolasyon an.
JOB 30:4 Yo rache fèy raje nan mitan rakèt la. Manje yo se rasin bayawonn.
JOB 30:5 Yo chase yo deyò lavil la nan dezè; yo kriye dèyè yo tankou se vòlè,
JOB 30:6 jiskaske yo vin rete nan move ravin yo, nan twou tè ak nan wòch yo.
JOB 30:7 Pami rak tibwa yo, yo rele fò. Anba machacha a, yo vin rasanble ansanm.
JOB 30:8 Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo, yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a.
JOB 30:9 Men koulye a, se mwen menm yo pase nan rizib; mwen devni yon pawòl betiz pou yo.
JOB 30:10 Yo pè m, yo kanpe lwen m, e yo pa sispann krache nan figi m.
JOB 30:11 Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen, yo rete retire brid la nèt devan m.
JOB 30:12 Sou men dwat lan, nich sa vin leve. Yo rale pye mwen akote. Yo mennen kont mwen tout manèv destriksyon yo.
JOB 30:13 Yo gate wout mwen. Yo bourade lachit mwen san mande sekou.
JOB 30:14 Tankou nan yon gran brèch, yo parèt; nan mitan tanpèt, yo woule m.
JOB 30:15 Gwo perèz yo vin vire kont mwen. Yo tanmen gate respè m tankou van. Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.
JOB 30:16 Konsa, koulye a nanm mwen vide nèt. Jou afliksyon yo sezi m.
JOB 30:17 Nan lannwit, zo m yo frennen anndan m, e sa yo kap manje m pa pran repo.
JOB 30:18 Ak gwo fòs, vètman m vin tòde sou mwen. Li mare m nèt tankou kolye manto m.
JOB 30:19 Li te jete mwen nan labou, e mwen te vin tankou pousyè ak sann.
JOB 30:20 Mwen kriye a Ou menm pou sekou, men Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe, e se gete, Ou gete m.
JOB 30:21 Ou vin okipe m ak mechanste. Avèk fòs a men Ou, Ou pèsekite m.
JOB 30:22 Ou leve m wo sou van, e fè m monte; epi Ou fè m fonn nèt nan move tan an.
JOB 30:23 Paske mwen konnen ke Ou ap mennen m a lanmò, jis rive nan gwo kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.
JOB 30:24 Malgre, èske yon moun k ap tonbe pa lonje men l? Oswa nan gwo pwoblem li pa kriye sekou?
JOB 30:25 Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub? Èske nanm mwen pa t plen tristès pou malere a?
JOB 30:26 Lè m t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m; lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
JOB 30:27 Kè m twouble nèt anndan m. Mwen pa kab poze. Jou plen ak afliksyon yo parèt devan m.
JOB 30:28 Mwen fè dèy toupatou san solèy. Mwen kanpe nan asanble; mwen rele sekou.
JOB 30:29 Mwen te vin frè ak chen mawon, zanmi ak otrich la.
JOB 30:30 Chè m vin nwa sou mwen, li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.
JOB 30:31 Pou sa, se doulè ap mwen jwe, e flit mwen an sone pou sila k ap kriye.
JOB 31:1 “Mwen te fè yon akò ak zye m; alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?
JOB 31:2 Paske se kisa ki pòsyon Bondye soti anwo a, ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a?
JOB 31:3 Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo, ak yon dezas pou sila ki fè inikite yo?
JOB 31:4 Èske Li pa wè chemen mwen yo e kontwole tout pa mwen yo?
JOB 31:5 “Si mwen te mache nan sa ki fo, e pye m te kouri dèyè twonpe moun,
JOB 31:6 (kite Li peze mwen nan yon balans ki jis e kite Bondye konnen entegrite m).
JOB 31:7 Si pa m yo te vire kite chemen an, oswa kè m te swiv zye m, oswa si gen yon tach ki kole sou men m,
JOB 31:8 kite mwen simen pou yon lòt ta manje, e kite tout sa m plante vin rache.
JOB 31:9 “Si kè m te sedwi pa yon fanm, oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,
JOB 31:10 kite madanm mwen graje pou yon lòt e kite lòt yo vin kouche sou li.
JOB 31:11 Paske sa ta yon krim sansyèl; anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije.
JOB 31:12 Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan Sejou Lanmò yo e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.
JOB 31:13 Si mwen te refize demand esklav mwen an, gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,
JOB 31:14 alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve? Konsa, lè L rele m pou jijman, ki repons mwen ta kab bay Li?
JOB 31:15 Èske Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou? Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?
JOB 31:16 Si mwen te anpeche malere yo nan dezi yo, oswa te fè zye a vèv la pa wè klè,
JOB 31:17 oswa te manje pòsyon pa mwen pou kont mwen san òfelen an pa jwen ladann,
JOB 31:18 (Men depi jenès mwen, òfelen an te grandi avè m tankou papa l e soti nan anfans lan, mwen te fè gid pou vèv la),
JOB 31:19 si mwen te wè yon moun peri akoz mank rad, oswa ke sila ak bezwen pa t gen anyen pou kouvri l,
JOB 31:20 si kè li pa t beni m, si li pa t chofe ak lenn mouton mwen an,
JOB 31:21 si mwen te leve men m kont òfelen an, akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la,
JOB 31:22 alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li, e bra m kase soti nan zo li.
JOB 31:23 Paske m pè anpil malè Bondye a. Li tèlman gran ak majeste, m pa ka fè anyen devan L.
JOB 31:24 Si se nan lò mwen te mete espwa m, pou m te di lò fen an, ‘se ou ki konfyans mwen,’
JOB 31:25 Si mwen te rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran, e akoz men m te tèlman ranmase anpil;
JOB 31:26 si mwen te gade solèy la lè l t ap brile, oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,
JOB 31:27 epi kè m te vin sedwi an sekrè, e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,
JOB 31:28 sa osi ta yon inikite ki merite jijman, paske mwen t ap abandone Bondye anwo a.
JOB 31:29 Èske mwen te rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt? Oswa bat men m lè mal vin rive li?
JOB 31:30 Non, mwen pa t kite bouch mwen peche, ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.
JOB 31:31 Èske mesye nan tant mwen yo p ap di: ‘Ou pa p twouve yon moun ki pa satisfè ak vyann pa li a?’
JOB 31:32 Etranje a pa t rete deyò; mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.
JOB 31:33 Èske m te kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam? Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,
JOB 31:34 akoz mwen te krent gwo foul la? Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo, te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?
JOB 31:35 O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen! Gade byen, men òtograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen! Mennen pwosè vèbal ke akizè a te ekri.
JOB 31:36 Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen; mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.
JOB 31:37 Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran. Tankou yon prens mwen ta parèt devan L.
JOB 31:38 Si menm tèren mwen an rele kont mwen, e tout tranch li yo kriye ansanm;
JOB 31:39 si mwen te manje fwi li san lajan, oswa te kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo,
JOB 31:40 kite pikan yo grandi olye ble e zèb santi fò ranplase lòj la.” Pawòl yo a Job se fini.
JOB 32:1 Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te dwat nan pwòp zye pa li.
JOB 32:2 Men kòlè a Élihu, fis a Barakeel la, Bizit nan fanmi a Ram nan, te brile kont Job. Kòlè li te brile paske li te jistifye pwòp tèt li devan Bondye.
JOB 32:3 Epi kòlè li te brile kont twa zanmi li yo akoz yo pa t jwenn bon repons, men kareman, yo te kondane Job.
JOB 32:4 Alò, Élihu te tann yo fini pou pale ak Job, akoz yo menm te gen anpil ane pi gran pase li.
JOB 32:5 Konsa, lè Élihu te wè ke pa t gen repons ki rete nan bouch a twa mesye yo, kòlè li te brile.
JOB 32:6 Pou sa, Élihu, fis a Barakeel la, Bizit la, te pale klè. Li te di: “Mwen jèn selon ane yo, e nou menm, nou granmoun. Akoz sa a, mwen te krent pou di nou sa ke m t ap panse a.
JOB 32:7 Mwen te reflechi ke se laj ki te dwe pale, ke anpil ane yo ta dwe bay sajès.
JOB 32:8 Men se yon lespri ki nan lòm, e se souf a Toupwisan an ki bay yo bonkonprann.
JOB 32:9 Anpil ane pa vle di saj, ni pa fwa, se pa granmoun ki konprann sa ki dwat.
JOB 32:10 Pou sa, mwen di nou ‘koute mwen; mwen menm tou va di nou sa ke m panse.’
JOB 32:11 “Gade byen, mwen te tann pawòl nou yo. Mwen te koute byen rezonman pa nou yo, pandan nou t ap reflechi sou sa pou nou ta di.
JOB 32:12 Menm mwen te swiv nou byen pre; anverite, pa t gen pèsòn ki te vin genyen Job. Nanpwen moun ki te byen reponn pawòl li yo.
JOB 32:13 Pran atansyon nou pa di: ‘Nou jwenn sajès. Se Bondye ki pou korije l, se pa lòm.’
JOB 32:14 Paske pawòl li yo pa t pale kont mwen menm, ni mwen p ap reponn li ak diskou pa nou yo.
JOB 32:15 “Yo etonnen nèt; yo pa reponn ankò. Yo pa gen mo ki pou di.
JOB 32:16 Èske se tann, pou m ta tann akoz yo pa pale? Akoz yo rete e pa reponn ankò?
JOB 32:17 Mwen menm tou va reponn pou kont mwen, mwen osi va bay pozisyon pa m.
JOB 32:18 Paske mwen chaje ak pawòl. Lespri m anndan mwen bourade m.
JOB 32:19 Men gade, lestonmak mwen tankou diven san mwayen respire; tankou po diven nèf, li prèt menm pou pete.
JOB 32:20 Kite mwen pale pou m kab jwenn soulajman; kite mwen ouvri lèv mwen pou bay repons.
JOB 32:21 Alò, pa kite mwen pran pati a okenn moun, ni flate pèsòn.
JOB 32:22 Paske mwen pa konn flate moun, sof Sila ki kreye mwen an, ta vin ranmase m fè m ale.”
JOB 33:1 “Malgre sa, koulye a, Job, souple tande mesaj mwen an e koute tout pawòl mwen yo.
JOB 33:2 Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen. Se lang nan bouch mwen ki pale.
JOB 33:3 Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen, e lèv mwen pale soti yon kè ki renmen verite a.
JOB 33:4 Se Lespri Bondye ki te fè m, e souf Toupwisan an ki ban m lavi.
JOB 33:5 Di m se pa sa, si ou kapab. Alinye pawòl ou yo an lòd devan m, e kanpe.
JOB 33:6 Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou. Mwen menm tou te fèt ak ajil la.
JOB 33:7 Gade byen, se pa okenn krent mwen gen, ki ta bay ou laperèz, ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an, ke ou ta twouve chaj la lou.
JOB 33:8 “Anverite, ou te pale kote pou m ta tande, e mwen te tande son a pawòl ou yo.
JOB 33:9 Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon; mwen inosan e nanpwen koupabilite nan mwen.
JOB 33:10 Gade byen, Li envante pretèks kont mwen; Li kontwole m tankou lènmi.
JOB 33:11 Li mete pye mwen nan sèp; Li veye tout chemen mwen yo.’
JOB 33:12 “Gade byen Job, kite mwen di ou, ou pa gen rezon nan sa, paske Bondye pi gran ke lòm.
JOB 33:13 Poukisa ou plenyen kont Li ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?
JOB 33:14 Anverite, Bondye pale yon fwa, oswa de fwa, men pèsòn pa okipe sa.
JOB 33:15 Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit lan, lè dòmi pwofon konn tonbe sou lòm, pandan yo nan somèy sou kabann yo,
JOB 33:16 konsa, Li ouvri zòrèy a lòm e mete so sou enstriksyon yo,
JOB 33:17 pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li e anpeche li fè ògèy.
JOB 33:18 Konsa, Li pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la e lavi li pou l pa lantre nan Sejou Lanmò a.
JOB 33:19 “Lòm, anplis, resevwa chatiman doulè sou kabann li; avèk plent san rete jis rive nan zo li;
JOB 33:20 jiskaske lavi li vin rayi pen, e nanm li, manje ke li te pi renmen an.
JOB 33:21 Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.
JOB 33:22 Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a e lavi li pwoche sila kap detwi yo.
JOB 33:23 “Si gen yon zanj pou ta entèsede pou li, se tankou youn nan yon milye, ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,
JOB 33:24 konsa, Bondye fè l gras. Li di l: ‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a, Mwen te twouve yon racha.’
JOB 33:25 Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li. Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo.
JOB 33:26 Konsa, li va priye a Bondye, e Li va aksepte li, pou l kab wè figi L plen ak jwa. Se konsa, Li restore ladwati a lòm.
JOB 33:27 Li va chante devan lèzòm. Li va di: “Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat, e li pa t bon pou mwen.
JOB 33:28 Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a, e lavi m va wè limyè a.’
JOB 33:29 “Gade byen, Bondye konn fè tout bagay sa yo de fwa, menm twa fwa ak yon nonm,
JOB 33:30 pou mennen nanm li fè l sòti kite fòs lanmò a, pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.
JOB 33:31 Prete atansyon, O Job, koute m byen; rete an silans e kite mwen pale.
JOB 33:32 Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen; pale, paske mwen vle ba ou rezon.
JOB 33:33 Men si non, koute mwen; rete an silans, e mwen va montre ou sajès.”
JOB 34:1 Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
JOB 34:2 “Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou. Koute mwen, nou menm ki gen konesans.
JOB 34:3 Paske zòrèy la fè prèv pawòl yo, jan bouch la goute manje a.
JOB 34:4 Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat; kite nou konnen pami nou menm sa ki bon.
JOB 34:5 Paske Job te di: ‘Mwen dwat, men Bondye te rache dwa mwen an;
JOB 34:6 èske mwen ta dwe manti selon dwa m? Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’
JOB 34:7 Se kilès ki tankou Job, k ap bwè giyonnen moun tankou se dlo,
JOB 34:8 ki ale kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo, e mache avèk moun malveyan yo?
JOB 34:9 Paske li te di: ‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun lè l pran plezi li nan Bondye.’
JOB 34:10 “Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann. Fòk se lwen pou Bondye ta fè mechanste, e pou Toupwisan an fè mal.
JOB 34:11 Paske Li rekonpanse lòm selon zèv li yo, e fè li jwenn selon chemen li.
JOB 34:12 Anverite, Bondye p ap aji avèk mechanste, ni Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi.
JOB 34:13 Se kilès ki te bay Li otorite sou latè? Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?
JOB 34:14 Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta ranmase tout a Li menm pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,
JOB 34:15 Tout chè ta peri ansanm, e lòm ta retounen nan pousyè.
JOB 34:16 “Men si gen moun bon konprann, koute sa a; koute vwa pawòl mwen yo.
JOB 34:17 Èske menm yon moun ki rayi jistis ta dwe renye? Èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an,
JOB 34:18 k ap di a yon wa: ‘Sanzave’, a prens yo: ‘Nou mechan’;
JOB 34:19 Ki p ap montre patipri a prens yo, ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv, paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.
JOB 34:20 Nan yon moman, yo mouri; epi nan mitan lannwit, yon pèp vin etone. Pwisan yo disparèt. Yo retire san yon men leve.
JOB 34:21 “Paske zye Li sou chemen a yon nonm. Li wè tout pa li fè.
JOB 34:22 Nanpwen fènwa, ni lonbraj fonse kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.
JOB 34:23 Paske Li pa bezwen obsève yon nonm anpil pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.
JOB 34:24 Li kraze moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann, e mete lòt moun nan plas yo.
JOB 34:25 Se konsa, Li konnen zèv yo. Li boulvèse yo nan lannwit, e yo kraze nèt.
JOB 34:26 Li frape yo tankou mechan nan yon kote pou tout moun wè,
JOB 34:27 Akoz yo vire akote nan swiv Li, e pat okipe chemen Li yo;
JOB 34:28 akoz yo te fè kri a malere a rive kote Li. Li te tande kri a aflije yo.
JOB 34:29 Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L? Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L? Li pli wo ke nasyon, ni lòm,
JOB 34:30 pou anpeche moun ki san Bondye yo vin reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo.
JOB 34:31 “Paske èske nenpòt kon di Bondye, ‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò;
JOB 34:32 enstwi mwen sa ke m pa wè. Si mwen te fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?
JOB 34:33 Èske Li va rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li? Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen. Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.
JOB 34:34 Moun ak bon konprann va di mwen, oswa yon nonm saj ki tande m va di:
JOB 34:35 ‘Job pale san konesans; pawòl li yo san sajès.
JOB 34:36 Mwen ta pito yo fè pwosè kont Job, jis rive nan tout limit li, akoz li reponn tankou moun mechan yo.
JOB 34:37 Paske li ogmante rebelyon sou tout lòt peche l yo. Li bat men li pami nou, e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’”
JOB 35:1 Konsa, Élihu te kontinye. Li te di:
JOB 35:2 “Èske ou sipoze ke ou gen dwa sa a? Èske ou ap di ‘Ladwati pa m nan depase sa k nan Bondye a?’
JOB 35:3 Paske ou mande: ‘Ki avantaj sa ye pou ou? Ki pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’
JOB 35:4 Mwen va reponn ou, menm ak zanmi ou yo tou.
JOB 35:5 Gade nan syèl yo pou wè; epi gade byen nan nwaj yo. Yo pi wo pase ou.
JOB 35:6 Si ou te peche, kisa ou akonpli kont Li? Epi si transgresyon ou yo anpil, kisa ou fè Li?
JOB 35:7 Si ou jis, kisa ou ba Li, oswa kisa Li ta jwenn nan men ou?
JOB 35:8 Mechanste ou ka donmaje yon nonm tankou ou menm, e ladwati ou gen benefis pou yon fis a lòm.
JOB 35:9 “Akoz fòs kantite opresyon yo, yo kriye fò. Yo kriye pou sekou akoz bra a pwisan an.
JOB 35:10 Men pèsòn pa di: ‘Kote Bondye, Kreyatè mwen an, ki bay chan kè kontan yo pandan nwit lan,
JOB 35:11 ki enstwi nou plis pase bèt latè yo, pou fè nou vin pi saj pase zwazo nan syèl yo?’
JOB 35:12 La, yo kriye fò, men nanpwen repons akoz ògèy moun mechan yo.
JOB 35:13 Anverite, Bondye p ap koute yon kri ki vid, ni Toupwisan an p ap okipe l.
JOB 35:14 Konbyen anmwens, lè ou di ou pa wè Li. Ka a pase devan L, e fòk se Li ou tann!
JOB 35:15 Men koulye a, akoz Li pa t fè vizit nan kòlè Li, ni Li pa t apresye awogans,
JOB 35:16 pou sa, Job ouvri bouch li an ven; li ogmante pawòl li yo san konesans.”
JOB 36:1 Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
JOB 36:2 Tann mwen yon ti kras, e mwen va montre ou; jiska prezan, gen anpil bagay ankò pou di sou pati Bondye.
JOB 36:3 M ap prale chache lespri m soti byen lwen; mwen va fè prèv ladwati a Kreyatè mwen an.
JOB 36:4 Paske anverite, pawòl mwen yo pa fo. Youn ki pafè nan konesans se avèk ou.
JOB 36:5 Gade byen, Bondye pwisan, men li pa meprize pèsòn; Li pwisan nan fòs konprann pa Li.
JOB 36:6 Li pa konsève lavi a mechan yo, men Li bay jistis a aflije yo.
JOB 36:7 Li pa retire zye Li sou moun ladwati yo; men avèk wa ki chita sou twòn yo, li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.
JOB 36:8 Si yo mare ak gwo fè, e mare nèt nan kòd aflije yo,
JOB 36:9 konsa, Li fè yo konnen travay yo, ak transgresyon yo; ke yo te leve tèt yo wo ak orgèy.
JOB 36:10 Li ouvri zòrèy yo pou yo ka enstwi, e pase lòd pou yo retounen, kite inikite a.
JOB 36:11 Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans, e ane pa yo va ranpli ak rejwisans.
JOB 36:12 Men si yo pa tande, yo va peri pa nepe; yo va mouri san konesans.
JOB 36:13 Men enkwayan yo ranmase lakòlè; yo refize kriye sekou lè L mare yo.
JOB 36:14 Yo mouri nan jenès yo, e lavi yo vin pèdi pami pwostitiye tanp yo.
JOB 36:15 Li delivre aflije yo nan afliksyon yo, e ouvri zòrèy yo nan tan opresyon yo.
JOB 36:16 Wi, anverite Li t ap mennen ou lwen bouch gwo twoub la, pou ou jwenn yon plas ki laj, e san limit. Konsa, sa ki plase sou tab ou, ta plen ak grès.
JOB 36:17 Men ou te ranpli ak jijman sou mechan yo; se jijman ak jistis ki te posede ou.
JOB 36:18 Pa kite richès ou mennen ou nan lakòlè, ni pa kite gwosè sa a kap vèse sou tab fè ou vire akote.
JOB 36:19 Èske richès ou yo ta fè ou evite gwo twoub la? Oswa èske tout fòs pwisans ou ta ka anpeche l rive?
JOB 36:20 Pa fè lanvi pou lannwit, moman an ke moun koupe retire nèt sou plas yo.
JOB 36:21 Fè atansyon; pa vire kote mal la, paske ou te chwazi sa a olye afliksyon an.
JOB 36:22 Gade byen, Bondye byen wo nan pouvwa Li. Ki pwofesè ki tankou Li?
JOB 36:23 Se kilès ki te dirije L pou pran chemen Li an? Epi kilès ki ka di L ‘Ou antò a?’
JOB 36:24 Sonje ke ou dwe leve zèv Li yo wo, sa yo sou sila moun te konn chante yo.
JOB 36:25 Tout moun konn wè sa. Lòm gade l soti lwen.
JOB 36:26 Gade byen, Bondye leve wo, men nou pa konnen Li. Fòs kantite ane Li yo pa kab dekouvri menm.
JOB 36:27 Konsa, Li rale fè monte gout dlo yo. Yo fòme fè lapli ki sòti nan vapè,
JOB 36:28 ke nwaj yo fè vide desann. Yo vin lage sou lòm an fòs kantite.
JOB 36:29 Èske pèsòn kab konprann jan nwaj yo vin gaye, ak tonnè k ap gwonde anwo plafon tant Li an?
JOB 36:30 Gade byen, Li gaye limyè Li toupatou Li. Li kouvri fon lanmè yo.
JOB 36:31 Paske se avèk sa a ke li jije pèp yo. Li bay yo manje an gran kantite.
JOB 36:32 Li kouvri men Li ak eklè la, e pase lòd pou l frape sou mak la.
JOB 36:33 Bri li deklare prezans Li; menm tout bèt yo konnen sa k ap vin rive a.
JOB 37:1 “Pou sa, menm kè mwen konn tranble. Li vòltije kite plas li.
JOB 37:2 Koute, O koute byen bri vwa L, k ap gwonde tankou tonnè ak bri tonnè a k ap sòti nan bouch Li.
JOB 37:3 Anba tout syèl la, Li lage sa nèt ale, ak loray Li jis rive nan tout pwent tè a.
JOB 37:4 Apre sa, yon gwo vwa ki rele fò; Li gwonde ak vwa majeste Li a. Li pa menm ralanti eklè lè yo tande vwa L.
JOB 37:5 Bondye gwonde avèk vwa mèvèy Li a. L ap fè gwo bagay ke nou pa kab menm konprann.
JOB 37:6 Paske a lanèj la, Li di: ‘Tonbe sou latè’, e a inondasyon lapli a, Li di: ‘Kontinye tonbe fò’.
JOB 37:7 Li sele men a chak òm, pou tout moun kab konnen zèv Li yo.
JOB 37:8 Konsa, tout bèt sovaj va antre nan kav yo e rete lakay yo.
JOB 37:9 Men sòti nan sid, tanpèt la parèt e nan nò, fredi a.
JOB 37:10 Soti nan souf Bondye, se glas ki fèt, e sifas dlo yo vin glasi.
JOB 37:11 Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè nwaj la vin lou; Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li.
JOB 37:12 Li chanje; Li gide l vire tounen pou l kab fè nenpòt sa Li kòmande l sou tout sifas tè a.
JOB 37:13 Se swa pou koreksyon, oswa pou mond Li an, oswa pou lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive.
JOB 37:14 “Tande sa byen, O Job; Kanpe, e obsève mèvèy Bondye yo.
JOB 37:15 Èske ou konnen kijan Bondye etabli tout sila yo, e fè ekleraj nan nwaj Li yo vin limen?
JOB 37:16 Èske ou konnen bagay a chak kouch nan nwaj yo, mèvèy a Sila a ki pafè nan konesans?
JOB 37:17 Poukisa vètman ou cho lè tè a kalm akoz van sid la?
JOB 37:18 Èske ou menm tou, ansanm avè L, ka ouvri syèl yo ki gen gran fòs tankou yon miwa metal ki fann nan dife?
JOB 37:19 Enstwi nou kisa pou nou ta pale Li; paske akoz fènwa a, nou pa kab byen ranje ka nou.
JOB 37:20 Èske yo va di Li ke mwen ta renmen pale? Oswa èske yon nonm ta pito di ke li ta vle vin anglouti nèt?
JOB 37:21 “Alò lèzòm pa wè limyè ki klere nan syèl yo sof ke van an fin pase e eklèsi nwaj yo.
JOB 37:22 Sòti nan nò, se reyon majeste an lò; Bondye antoure ak majeste etonan.
JOB 37:23 Toupwisan an,—nou pa kab jwenn Li. Li egzalte nan pouvwa Li. Jistis Li ak ladwati Li gran; Li pa janm oprime.
JOB 37:24 Se pou sa lèzòm plen lakrent ak respè Li; Li pa konsidere okenn moun ki saj nan kè.”
JOB 38:1 Konsa, Bondye te reponn Job nan van toubiyon an:
JOB 38:2 Se kilès sa a ki twouble konsèy Mwen an ak pawòl san konesans yo?
JOB 38:3 Alò, mare senti ou tankou gason, M ap mande ou e ou va enstwi M!
JOB 38:4 “Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan? Pale si ou gen bon konprann,
JOB 38:5 Se kilès ki te etabli mezi li? Konsi ou konnen? Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?
JOB 38:6 Sou kilès baz li yo te fonse? Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,
JOB 38:7 lè zetwal maten yo te chante ansanm, e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?
JOB 38:8 “Oswa se kilès ki te delimite lanmè a ak pòt yo, lè l te pete sòti nan vant lemonn nan;
JOB 38:9 lè M te fè yon nwaj sèvi vètman li e fènwa byen pwès kon rad anfans li,
JOB 38:10 epi Mwen te plase lizyè sou li, e te kadnase pòt li yo,
JOB 38:11 lè Mwen te di: ‘Men la, ou va rive e pa plis; men la vag ògèy ou va rete’?
JOB 38:12 “Èske pandan tout vi ou, ou te pase lòd pou maten rive, e fè solèy granmaten an konnen plas li,
JOB 38:13 pou l ta kenbe mechan yo sou pwent latè e souke l nèt pou yo sòti ladann?
JOB 38:14 Li vin chanje tankou ajil anba yon so; epi prezante la tankou yon abiman.
JOB 38:15 Sou mechan yo, limyè yo retire e bwa soulve a vin kase.
JOB 38:16 “Èske ou konn antre nan sous lanmè yo, oswa mache nan fon pwofondè a?
JOB 38:17 Èske pòtay lanmò yo te konn vin vizib a ou menm? Oswa èske ou konn wè pòtay lonbraj lanmò yo?
JOB 38:18 Èske ou te konprann gwosè ak lajè tout tè a? Di M si ou konnen tout sa a.
JOB 38:19 “Kote chemen an ye pou rive nan abitasyon limyè a? Epi tenèb la, kote landwa li,
JOB 38:20 pou ou ta mennen li nan limit li, pou ou ta kab konprann chemen pou rive lakay li?
JOB 38:21 Fòk ou konnen paske ou te fèt avan sa, e kantite jou ou yo vast!
JOB 38:22 Èske ou konn antre nan kay depo nèj yo, oswa èske ou konn wè kay depo pou lagrèl yo,
JOB 38:23 ke M te rezève pou tan twoub la, pou jou lagè ak batay la?
JOB 38:24 Kote chemen ki pou fè loray divize a oswa ki kote van lès la te gaye sou tè a?
JOB 38:25 “Se kilès ki te kreve yon kanal pou gran inondasyon an, oswa yon chemen pou eklè ak tonnè a,
JOB 38:26 Pou mennen lapli nan yon tèren kote nanpwen moun, nan yon dezè san pèsòn ladann,
JOB 38:27 Pou satisfè yon peyi savann dezole e fè grenn zèb yo vin jèmen.
JOB 38:28 Èske lapli gen papa? Oswa se kilès ki te reyisi fè gout lawouze yo?
JOB 38:29 Nan ki vant manman a sila glas la te sòti? Epi fredi syèl la, se kilès ki te fè nesans li?
JOB 38:30 Dlo vin di tankou wòch e sifas pwofondè a vin prizonye ladann.
JOB 38:31 “Èske ou konn mare chenn zetwal Pleiades yo, oswa lage kòd zetwal Orion yo?
JOB 38:32 Èske ou kab mennen fè parèt tout sign Zodyak yo nan sezon yo, oswa gide zetwal Gran Lous la ak pitit li yo?
JOB 38:33 Èske ou konnen tout règleman syèl la, oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?
JOB 38:34 Èske ou kab leve vwa ou rive nan nwaj yo, pou fè gwo kantite dlo vin kouvri ou?
JOB 38:35 Èske ou kab voye ekleraj yo pou yo rive di ou: ‘Men nou isit la’?
JOB 38:36 Se kilès ki te mete sajès nan kè lòm, oswa te bay bon konprann nan panse a?
JOB 38:37 Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès, oswa vide gwo krich dlo syèl yo,
JOB 38:38 Pou pousyè a vin di nan yon gwo ma dlo e bòl tè yo vin kole ansanm?
JOB 38:39 “Èske ou kab fè lachas pou bay lyon an manje, oswa satisfè apeti a jenn ti lyon yo,
JOB 38:40 Lè yo kouche nan kav pa yo e kouche tann pèlen bò lakay yo?
JOB 38:41 Se kilès ki prepare manje pou kòbo a lè pitit li rele kote Bondye e mache gaye grangou?
JOB 39:1 “Èske ou konnen lè kabrit mòn yo fè pitit? Èske ou konn wè lè sèf yo metba?
JOB 39:2 Èske ou kab kontwole mwa ke yo rete plenn yo, oswa èske ou konnen lè yo fè pitit?
JOB 39:3 Yo bese a jenou, yo pouse fè pitit yo parèt, yo fòse fè doulè yo fini nèt.
JOB 39:4 Pitit yo vin fò, yo grandi nan chan lib; yo ale e yo pa retounen kote yo.
JOB 39:5 “Se kilès ki te fè bourik mawon yo vin lib? Epi kilès ki te lache kòd ki te mare sou bourik kous la,
JOB 39:6 ke Mwen te bay savann nan kon abitasyon li, ak tè sale a kon kote pou l rete a?
JOB 39:7 Li pa bay valè a zen lavil la; kri a chofè yo, li pa okipe yo.
JOB 39:8 Li chache nan tout mòn yo pou manje l e chache jwenn tout sa ki vèt.
JOB 39:9 “Èske bèf mawon va dakò pou sèvi ou, oswa èske l ap pase nwit lan devan manjwa ou?
JOB 39:10 Èske ou kab mare bèf mawon a ak kòd pou l rete nan ranp li, oswa èske l ap boulvèse jaden an dèyè w?
JOB 39:11 Èske ou va fè l konfyans akoz gran fòs li, e kite l responsab travay ou?
JOB 39:12 Èske ou va mete lafwa ou nan li pou li pote semans lakay, o ranmase seryel sou glasi vannen an?
JOB 39:13 “Zèl a otrich yo bat anlè ak gran jwa, men èske se plimaj lanmou?
JOB 39:14 Veye byen, li abandone pwòp ze li yo sou latè a pou yo ka chofe yo nan pousyè,
JOB 39:15 Li bliye yon grenn pye ka kraze yo, oswa yon bèt sovaj kab foule yo.
JOB 39:16 Li maltrete pitit li yo ak mechanste, konsi yo pa t pou li; menm si tout travay li ta an ven, sa pa regade l;
JOB 39:17 Akoz Bondye te fè li bliye sajès li, e pa t bay li yon pòsyon bon konprann.
JOB 39:18 Lè l leve kò l anlè, li giyonnen cheval la ak chevalye a.
JOB 39:19 Èske se ou ki te bay cheval la fòs? Èske ou te abiye kou li ak krenyen?
JOB 39:20 Èske ou fè l vòltije tankou yon krikèt? Gran souf ki sòti nan nen l byen etonan.
JOB 39:21 Pye li fouye tè a nan vale a, e li kontan fòs li. Li sòti parèt pou rankontre zam yo.
JOB 39:22 Li ri sou danje, ni li pa gen lakrent. Li pa vire fè bak devan nepe;
JOB 39:23 fouwo soukwe akote l, lans k ap briye a, ak gwo frenn nan.
JOB 39:24 Byen anraje e tranblan, li fè kous sou tè a, e li p ap kanpe lè vwa twonpèt la sone.
JOB 39:25 Depi twonpèt la sone li di: ‘Aha!’ Soti lwen, li pran sant batay la, tonnè a kapitèn yo ak kri gè a.
JOB 39:26 Èske se pa bon konprann ou ke malfini an konn vole anlè, avèk zèl li lonje vè sid?
JOB 39:27 Èske se pa kòmand pa ou ke èg la monte wo pou fè nich li nan wotè?
JOB 39:28 Anwo sou falèz la, li rete e fè abitasyon li, sou kwen wòch yon kote ki pa kab pwoche.
JOB 39:29 Se la li veye manje li; zye li wè l soti lwen.
JOB 39:30 Pitit li yo, anplis, konn souse san; epi kote mò yo ye; se la li ye.”
JOB 40:1 Anplis, SENYÈ a te di a Job:
JOB 40:2 “Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an? Kite sila ki repwoche Bondye reponn sa.”
JOB 40:3 Konsa, Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
JOB 40:4 “Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou? Mwen poze men m sou bouch mwen.
JOB 40:5 Yon fwa mwen te pale e mwen pa p replike l; menm de fwa, men m pap wale pi lwen.”
JOB 40:6 Konsa, SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:
JOB 40:7 Alò, mare senti ou kon gason; Mwen va mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.
JOB 40:8 Èske anverite ou va anile jijman Mwen an? Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?
JOB 40:9 Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye, ak yon vwa ki ka gwonde tankou pa L la?
JOB 40:10 Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè. Mete sou ou lonè ak laglwa.
JOB 40:11 Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap debòde nan ou. Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.
JOB 40:12 Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e fè yo bese, vin ba. Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.
JOB 40:13 Kache yo ansanm nan pousyè a. Mare figi yo nan plas kache a.
JOB 40:14 Epi konsa M ap konfese a ou menm ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.
JOB 40:15 Gade byen Beyemòt la ke M te fè menm tankou Mwen te fè w la; Li manje zèb tankou bèf.
JOB 40:16 Gade koulye a, fòs li nan ren li, e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.
JOB 40:17 Li koube ke li tankou yon sèd; venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.
JOB 40:18 Zo li se tiyo ki fèt an bwonz; janm li tankou ba fè.
JOB 40:19 Li se premye nan chemen Bondye a; fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li.
JOB 40:20 Anverite, mòn yo mennen bay li manje kote tout bèt sovaj latè yo jwe.
JOB 40:21 Anba zèb dlo, li kouche; nan kouvèti wozo a ak marekaj la.
JOB 40:22 Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj; bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.
JOB 40:23 Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble; li gen konfyans malgre Jourdain an rive jis nan bouch li.
JOB 40:24 Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye; menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?
JOB 41:1 Èske ou ka rale Levyatan an deyò ak yon zen lapèch? Oswa peze lang li desann ak yon kòd?
JOB 41:2 Èske ou kab mete yon kòd nan nen l, oswa pèse machwè l ak yon zen?
JOB 41:3 Èske l ap fè ou anpil siplikasyon, oswa èske l ap pale ak ou ak pawòl dous?
JOB 41:4 Èske l ap fè yon akò avèk ou? Èske ou va pran l pou yon sèvitè pou tout tan?
JOB 41:5 Èske ou va jwe avè l konsi se yon zwazo, oswa èske ou va mare li pou demwazèl ou yo?
JOB 41:6 Èske komèsan yo va fè komès avè l? Èske y ap divize li pami machann yo?
JOB 41:7 Èske ou kab plen po li ak gwo lans, oswa tèt li ak fren lapèch?
JOB 41:8 Poze men ou sou li! Sonje batay la byen! Ou p ap fè l ankò
JOB 41:9 Gade byen, esperans ou fo. Èske ou p ap vin bese ou, menm devan rega li?
JOB 41:10 Nanpwen moun ki gen kouraj ase pou l ta tante fè l leve. Ebyen, se kilès li ye ki kab kanpe devan M?
JOB 41:11 Kilès ki te ban Mwen yon bagay pou M ta rekonpanse li? Tout bagay anba tout syèl la se pa M.
JOB 41:12 Konsa, Mwen p ap rete an silans akoz manm li yo, oswa gran pwisans li, oswa jan kò l byen òganize.
JOB 41:13 Se kilès ki kab retire pwotèj eksteryè li? Kilès ki kab penetre pwotèj fèt ak chenn doub?
JOB 41:14 Kilès ki kab ouvri pòt figi li? Gwo laperèz antoure dan l.
JOB 41:15 Gwo kal li yo se gran ògèy li; yo fèmen byen byen di.
JOB 41:16 Youn tèlman pre lòt ke menm lè pa kab pase antre yo.
JOB 41:17 Yo jwenn youn ak lòt; yo kole yo chak youn sou lòt e yo pa kab separe.
JOB 41:18 Lè li estène, li fè limyè vin parèt; e zye li tankou pòpyè zye nan maten.
JOB 41:19 Tòch dife yo sòti nan bouch li; sann volan yo vòltije vin parèt.
JOB 41:20 Sòti nan nen l, se lafimen; konsi k ap sòti nan yon gwo bonm k ap bouyi, oswa fèy sèch k ap pran dife.
JOB 41:21 Souf li ka limen chabon, e flanm yo sòti nan bouch li.
JOB 41:22 Kou li se yon rezèvwa fòs e gwo laperèz danse devan l.
JOB 41:23 Tout pli sou chè li vin jwenn ansanm; byen solid sou li, e yo pa kab deplase.
JOB 41:24 Kè li di tankou wòch, di menm tankou gwo wòch moulen.
JOB 41:25 Lè l leve pi pwisan yo vin pè; akoz gwo son kraze brize a, yo fè bak nèt.
JOB 41:26 Nepe ki rive kote li pa kab fè anyen, ni gwo lans lan, flèch la, ni frenn nan.
JOB 41:27 Pou li mòso fè se konsi se pay; bwonz se tankou bwa pouri.
JOB 41:28 Flèch pa kab fè l sove ale; wòch fistibal se kras raje devan l.
JOB 41:29 Baton yo menm se pay. Li ri lè frenn nan kouri vin jwenn l.
JOB 41:30 Pati anba li se tankou cha kanari; li gaye tankou yon baton ki vannen sou labou.
JOB 41:31 Li fè pwofondè li yo bouyi tankou yon bonm; li fè lanmè a vin tankou yon ja pomad.
JOB 41:32 Dèyè l, li fè yon pa kim dlo briye; konsi ou ta konnen se cheve blanch k ap soti nan fon dlo a.
JOB 41:33 Nanpwen anyen sou latè ki tankou li; yon bèt ki fèt san pè anyen.
JOB 41:34 Li gade sou tout bagay ki wo; Li se wa sou tout fis ògèy yo.
JOB 42:1 Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
JOB 42:2 “Mwen konnen ke Ou ka fè tout bagay, e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.
JOB 42:3 Ou te mande: ‘Kilès sila ki kache konsèy san konesans lan?’” “Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan; bagay twò etonan pou mwen, ke m pa t konnen yo.
JOB 42:4 Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale; Mwen va mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’
JOB 42:5 “ Konsa, Mwen te konn tande de Ou nan zòrèy mwen yo, men koulye a, zye m wè Ou.
JOB 42:6 Pou tout sa a, mwen rayi pwòp tèt mwen, e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”
JOB 42:7 Li te vin rive apre SENYÈ a te pale pawòl sa yo a Job, ke SENYÈ a te di a Éliphaz, Temanit lan: “Lakòlè mwen limen kont ou e kont de zanmi ou yo, akoz ou pa t pale selon Mwen sa ki dwat, tankou sèvitè Mwen Job te fè a.
JOB 42:8 Alò, pou sa, pran pou nou menm sèt towo avèk sèt belye, rive kote sèvitè Mwen an Job, e ofri yon ofrann brile pou nou menm; epi sèvitè Mwen an, Job, va priye pou nou. Paske Mwen va aksepte li jis pou m pa aji avèk nou selon foli nou, akoz nou pa t pale selon Mwen sa ki bon, tankou sèvitè Mwen Job te fè a.”
JOB 42:9 Konsa, Éliphaz, Temanit lan avèk Bildad, Shouachyen an ak Tsophar, Naamatit la te ale fè sa ke SENYÈ a te di yo; epi SENYÈ a te aksepte Job.
JOB 42:10 SENYÈ a te restore Job ak tout byen li ak pozisyon li lè l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis.
JOB 42:11 Konsa, tout frè li yo ak sè li yo ak tout moun ki te konnen l oparavan yo te vin kote li, e yo te manje pen avèk li lakay li. Yo te rekonfòte li e konsole li akoz tout twoub ke SENYÈ a te mennen sou li yo. Epi yo chak te bay li yon pyès lajan ak yon bag an lò.
JOB 42:12 SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik.
JOB 42:13 Li te gen sèt fis ak twa fi.
JOB 42:14 Li te rele premye a Jemima, dezyèm nan Ketsia, twazyèm nan Kéren-Happuc.
JOB 42:15 Nan tout peyi a, pa t gen fanm ki te bèl tankou fi a Job yo. Konsa, papa yo te bay yo yon eritaj pami frè yo.
JOB 42:16 Apre sa, Job te viv pandan san-karant lane, e te wè fis li yo ak pitit a fis li yo, jis rive nan kat jenerasyon.
JOB 42:17 Konsa, Job te mouri, granmoun e plen ak jou.
PSA 1:1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy mechan yo ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
PSA 1:2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a. Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
PSA 1:3 Li va tankou yon pyebwa ki plante bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li. Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
PSA 1:4 Mechan yo pa konsa. Yo tankou pay ke van an pouse ale.
PSA 1:5 Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz jijman an, ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo.
PSA 1:6 Paske SENYÈ a konnen chemen a sila ki dwat yo, men chemen a mechan yo va disparèt.
PSA 2:1 Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa, e pèp yo fòmante yon vye bagay?
PSA 2:2 Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a:
PSA 2:3 “Annou chire chenn sa yo, e jete kòd ki mare nou yo!”
PSA 2:4 Sila ki chita nan syèl la ri; SENYÈ a ap moke yo.
PSA 2:5 Anplis, Li va pale avèk yo nan kòlè Li. Li va fè yo sezi nan kòlè Li.
PSA 2:6 Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an.
PSA 2:7 Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a; SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen. Se jodi a, Mwen te fè Ou.
PSA 2:8 Mande Mwen, e Mwen va bay Ou nasyon yo kon eritaj, jis rive nan dènye pwent latè kon posesyon pa Ou.
PSA 2:9 Ou va kase yo avèk yon baton fè, Ou va kraze yo tankou veso kanari.”
PSA 2:10 Konsa, O wa yo, sèvi ak sajès. Fè atansyon, O jij sou latè yo.
PSA 2:11 Adore SENYÈ a avèk gran respè e rejwi avèk tranbleman.
PSA 2:12 Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.
PSA 3:1 Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a O SENYÈ, gade kijan lènmi mwen yo ap miltipliye; Anpil moun leve kont mwen.
PSA 3:2 Anpil moun pale de nanm mwen, “Nanpwen delivrans pou li nan Bondye.” Tan
PSA 3:3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.
PSA 3:4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen; Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan
PSA 3:5 Mwen te kouche e dòmi; mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.
PSA 3:6 Mwen p ap pè menm dè milye de moun ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.
PSA 3:7 Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo.
PSA 3:8 Delivrans se nan SENYÈ a. Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.
PSA 4:1 Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen; Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. Fè m gras e tande lapriyè mwen.
PSA 4:2 O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch? Jiskilè ou va renmen sa ki san valè e tante twonpe moun? Tan
PSA 4:3 Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm. SENYÈ a tande lè m fè apèl Li.
PSA 4:4 Tranble, men pa fè peche. Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan
PSA 4:5 Ofri sakrifis ladwati yo. Mete konfyans nan SENYÈ a.
PSA 4:6 Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?” SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!
PSA 4:7 Ou te mete lajwa nan kè m plis pase lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.
PSA 4:8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi, paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.
PSA 5:1 Pou Direktè koral yo; fèt pou akonpanye ak flit. Yon Sòm David. Prete zòrèy Ou a pawòl mwen yo, O SENYÈ. Konsidere refleksyon mwen yo.
PSA 5:2 Koute bri kri sekou mwen yo, Wa mwen e Bondye mwen. Pou Ou menm, mwen ap priye.
PSA 5:3 Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen. Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo. M aptann, m ap veye.
PSA 5:4 Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste. Nanpwen mal ki rete avèk Ou.
PSA 5:5 Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou. Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.
PSA 5:6 Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo. SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san, ki twonpe moun.
PSA 5:7 Men pou mwen, pa gran lanmou dous Ou a mwen va antre lakay Ou. Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène mwen nèt an adorasyon.
PSA 5:8 O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo. Fè chemen Ou dwat devan mwen.
PSA 5:9 Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo. Anndan yo se pouriti menm. Gòj yo se yon tonm ki louvri. Yo fè flatè ak lang yo.
PSA 5:10 Kenbe yo koupab, O Bondye. Selon pwòp manèv pa yo, kite yo tonbe! Nan fòs kantite peche yo pouse yo deyò, paske se rebèl yo ye kont Ou.
PSA 5:11 Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan. Kite yo toujou chante ak kè kontan, akoz Ou fè abri pou yo. Kite sila ki renmen non Ou yo kapab fè kè kontan nan Ou.
PSA 5:12 Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ, Ou ki antoure li avèk gras Ou, tankou yon boukliye.
PSA 6:1 Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd. Yon sòm David. O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni ban chatiman nan fachez Ou.
PSA 6:2 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen chagren anpil. Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
PSA 6:3 epi nanm mwen fè gwo chagren. Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè?
PSA 6:4 Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape. Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.
PSA 6:5 Paske mò yo pa rele non Ou. Nan andwa kote mò yo ye a, se kilès k ap bay Ou remèsiman?
PSA 6:6 Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.
PSA 6:7 Zye m pouri nèt ak gwo doulè. Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.
PSA 6:8 Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo, paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
PSA 6:9 SENYÈ a te tande demand priyè mwen. SENYÈ a te resevwa lapriyè mwen.
PSA 6:10 Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt. Yo va vire fè bak sibitman. Yo va vin wont anpil.
PSA 7:1 Yon Sòm David, ke li te chante a SENYÈ a pou yon moun tribi Benjamin ki te rele Cush. O SENYÈ Bondye mwen an, nan Ou mwen kache. Sove mwen de tout sila k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,
PSA 7:2 sof ke li ta chire nanm mwen tankou yon lyon, epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.
PSA 7:3 O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa, si gen enjistis nan men m,
PSA 7:4 si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen, oswa te piyaje sila ki te lènmi mwen a san koz la,
PSA 7:5 kite lènmi an kouri dèyè nanm mwen jiskaske li pran l, epi kite li foule lavi mwen jis atè. Fè glwa mwen kouche nèt nan pousyè a. Tan
PSA 7:6 Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou; leve Ou menm kont raj ladvèsè mwen yo. Leve Ou menm pou mwen; Ou menm ki te etabli jijman an.
PSA 7:7 Kite asanble a tout pèp yo antoure Ou. Gouvènen yo, depi an wo.
PSA 7:8 Se SENYÈ a ki jije pèp yo. Fè m jistis O SENYÈ, selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.
PSA 7:9 Alò, mete fen a mechanste malfektè yo, men etabli sila ki dwat yo. Paske se ladwati Bondye ki fè prèv nan kè avèk panse moun.
PSA 7:10 Boukliye mwen se avèk Bondye, ki sove sila ki dwat yo.
PSA 7:11 Bondye se yon jij ki jis e ki rayi enjistis chak jou.
PSA 7:12 Si yon nonm pa repanti, L ap file nepe Li. Li deja koube banza Li; Li prèt.
PSA 7:13 Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo. Li fè flèch ak shaf ki brile yo.
PSA 7:14 Gade byen, l ap lite nan mechanste. Wi, li plante jèm mechanste a, epi li vin bay nesans a tout sa ki fo.
PSA 7:15 Li te fouye yon twou, kreve l nèt, e vin tonbe nan twou ke li te fè a.
PSA 7:16 Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li, e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.
PSA 7:17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li. Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.
PSA 8:1 Pou direktè koral la; jwe sou gitia la. Yon sòm David. O SENYÈ, Senyè nou an, A la non Ou gran sou tout latè! Ou te fè parèt klè mayifisans Ou piwo pase syèl yo!
PSA 8:2 Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo, Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo, pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.
PSA 8:3 Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo, lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,
PSA 8:4 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li? Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
PSA 8:5 Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye, e te kouwone li ak glwa avèk lonè!
PSA 8:6 Ou fè li regne sou zèv men Ou yo. Ou te mete tout bagay anba pye li:
PSA 8:7 Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,
PSA 8:8 zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo, ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.
PSA 8:9 O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.
PSA 9:1 Pou direktè koral la; Yon sòm David Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m; Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.
PSA 9:2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou; Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.
PSA 9:3 Lè lènmi m yo vire fè bak, yo tonbe e peri devan Ou.
PSA 9:4 Paske Ou te bay soutyen a dwa m, avèk koz mwen ki jis; Ou chita sou twòn Ou e fè jijman avèk ladwati.
PSA 9:5 Ou te fè chatiman nasyon yo; Ou te detwi mechan yo; Ou te efase non yo jis pou tout tan e pou tout tan.
PSA 9:6 Lènmi an te rive a nan fen, e li te kraze nèt. Ou te dechouke vil yo, jiskaske memwa a yo vin disparèt.
PSA 9:7 Men SENYÈ a la jis pou tout tan; Li te etabli twòn Li pou jijman.
PSA 9:8 Li va jije mond lan avèk ladwati; Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.
PSA 9:9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo; yon sitadèl nan tan twoub la.
PSA 9:10 Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou, paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone sila ki mete konfyans nan Ou yo.
PSA 9:11 Chante lwanj a SENYÈ a, ki rete nan Sion; deklare pami pèp yo zèv Li yo.
PSA 9:12 Paske Sila ki egzije san an sonje yo; Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.
PSA 9:13 Fè m gras, O SENYÈ; gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo, e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,
PSA 9:14 pou m kab pale tout lwanj a Ou menm. Konsa, nan pòtay a fi Sion yo, mwen kapab rejwi nan delivrans Ou.
PSA 9:15 Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a; nan pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann.
PSA 9:16 Senyè a te leve tèt Li pou yo wè; Li te rann jijman an. Nan zèv a pwòp men Li, mechan an kole nan pwòp pèlen li. Tan
PSA 9:17 Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a; menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.
PSA 9:18 Paske malere yo p ap bliye jis pou tout tan, ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan.
PSA 9:19 Leve, O SENYÈ, pa kite lòm vin genyen; kite nasyon yo jije devan Ou.
PSA 9:20 Bay yo lakrent, O SENYÈ; fè nasyon yo konnen ke se sèlman lòm yo ye. Tan
PSA 10:1 Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè? Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?
PSA 10:2 Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo. Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.
PSA 10:3 Paske mechan an ap vin ògeye sou dezi kè li a; li beni moun voras la, e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
PSA 10:4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye, Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”
PSA 10:5 Chemen pa li yo reyisi tout tan; Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo. Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.
PSA 10:6 Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm; Pandan tout jenerasyon yo, mwen p ap gen pwoblèm ditou.”
PSA 10:7 Bouch li plen ak malediksyon, avèk twonpe moun avèk oprime moun. Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
PSA 10:8 Li chita nan anbiskad pou veye vil yo; nan anbiskad yo, li touye inosan yo. Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.
PSA 10:9 Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li. Li kache pou kenbe aflije yo; li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an.
PSA 10:10 Li akwoupi, li pare kò l; konsa malere a vin tonbe pa grif pwisan li yo.
PSA 10:11 Li pale a tèt li: “Bondye bliye. Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”
PSA 10:12 Leve O SENYÈ! O Bondye, leve men Ou wo! Pa bliye aflije yo!
PSA 10:13 Poukisa mechan an te meprize Bondye? Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.
PSA 10:14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont mechanste ak agase moun pou pran sa an men. Malere a ap depann de Ou menm; Se Ou ki konn ede òfelen an.
PSA 10:15 Kase bra a mechan yo avèk malfektè a! Dekouvri mechanste li yo jiskaske Ou pa twouve l ankò.
PSA 10:16 SENYÈ a se Wa a pou tout tan! Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.
PSA 10:17 O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo; Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,
PSA 10:18 pou bay jistis a òfelen an avèk oprime a, pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.
PSA 11:1 Pou direktè koral la; yon sòm David Se nan SENYÈ a ke m kache. Kijan ou kapab di a nanm mwen: “Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;
PSA 11:2 Paske, gade byen, mechan yo koube banza, Yo fè flèch yo parèt sou kòd la, pou tire nan fènwa sou sila ak kè ki dwat yo.
PSA 11:3 Si fondasyon yo vin detwi, se kisa moun dwat yo kab fè?”
PSA 11:4 SENYÈ a nan sen tanp Li an. SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. Zye Li veye. Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.
PSA 11:5 SENYÈ a sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo; men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.
PSA 11:6 Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli; dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.
PSA 11:7 Paske Bondye dwat. Li renmen ladwati. Sila ki kanpe dwat yo va wè figi Li.
PSA 12:1 Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd Yon sòm David. Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste, Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.
PSA 12:2 Yo pale sa ki fo a youn lòt. Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
PSA 12:3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo, ak lang ki pale gwo bagay yo;
PSA 12:4 ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi. Lèv nou se pou nou. Se kilès ki kab mèt sou nou?”
PSA 12:5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
PSA 12:6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach; tankou ajan ki teste nan founo, rafine nan tè sèt fwa.
PSA 12:7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo. Ou va prezève yo soti nan jenerasyon sila a jis pou tout tan.
PSA 12:8 Mechan yo pwomennen toupatou tout kote lè bagay ki lèd vin leve wo pami fis a lòm yo.
PSA 13:1 Pou direktè koral la; yon sòm David Jiskilè SENYÈ? Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan? Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?
PSA 13:2 Pou konbyen de tan mwen va oblije depann sou pwòp konsèy tèt mwen, ak tristès nan kè m tout lajounen? Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?
PSA 13:3 Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen; Fè zye m wè, pou m pa mouri;
PSA 13:4 pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,” epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.
PSA 13:5 Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a; Kè m va rejwi nan delivrans ou
PSA 13:6 Mwen va chante a SENYÈ a, paske Li te aji ak bon kè avè m.
PSA 14:1 Pou direktè koral la; yon sòm David Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.” Yo konwonpi. Yo te fè zak abominab. Nanpwen ki fè sa ki bon.
PSA 14:2 SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo pou wè si genyen ki konprann, k ap chache Bondye.
PSA 14:3 Yo tout te vire akote. Ansanm yo te vin konwonpi. Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
PSA 14:4 Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, sila Ki manje pèp mwen yo tankou y ap manje pen an, san yo pa rele SENYÈ a?
PSA 14:5 La, yo nan gwo danje, paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.
PSA 14:6 Nou meprize bezwen aflije a, men SENYÈ a se refij li.
PSA 14:7 O ke sali Israël la ta sòti nan Sion! Lè SENYÈ a restore pèp kaptif li a, Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.
PSA 15:1 Yon sòm David O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou? Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an?
PSA 15:2 Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo; li ki pale verite a nan kè li a;
PSA 15:3 ki pa fè kout lang sou lòt, ni fè vwazen li mal, ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;
PSA 15:4 nan zye a sila yon vagabon meprize a, men ki bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo; li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal, e li pa chanje menm;
PSA 15:5 Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.
PSA 16:1 Yon Sòm David Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.
PSA 16:2 Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen. Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.
PSA 16:3 Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye; sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.
PSA 16:4 Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante; Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo, ni non yo p ap sòti sou lèv mwen.
PSA 16:5 SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen; Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.
PSA 16:6 Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen. Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.
PSA 16:7 Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la. Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.
PSA 16:8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan. Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
PSA 16:9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans. Anplis, chè m va toujou pwoteje.
PSA 16:10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo; ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.
PSA 16:11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a. Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt. Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
PSA 17:1 Yon Priyè a David Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. Prete zòrèy a lapriyè mwen, ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.
PSA 17:2 Kite pawòl mwen parèt akoz prezans Ou; Kite zye Ou gade avèk jistis.
PSA 17:3 Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
PSA 17:4 Alò, pou zèv a lòm yo, selon pawòl a lèv Ou yo, Mwen te evite chemen a vyolan yo.
PSA 17:5 Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la. Pye mwen pat janm glise.
PSA 17:6 Mwen te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye. Enkline zòrèy W bò kote m. Tande pawòl mwen yo.
PSA 17:7 Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a, O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.
PSA 17:8 Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou. Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,
PSA 17:9 kont mechan ki depouye m yo, lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.
PSA 17:10 Yo fin fèmen kè rèd yo. Avèk bouch yo, yo pale awogans.
PSA 17:11 Koulye a, yo fin antoure nou pandan n ap mache. Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.
PSA 17:12 Se tankou yon lyon ki anvi devore, tankou yon jenn lyon k ap kache nan fènwa.
PSA 17:13 Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li; Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,
PSA 17:14 Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ, depi nan men lòm de mond sa yo, k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a. Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo. Fis ou yo gen kont, e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.
PSA 17:15 Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a; mwen va satisfè avèk vizaj Ou lè m ouvri zye m.
PSA 18:1 Pou direktè koral la. Yon sòm David, sèvitè SENYÈ a, ki te pale a SENYÈ a, pawòl a chan ke li te adrese bay SENYÈ a apre Li te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo, e soti nan men a Saül. Konsa li te di: Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.
PSA 18:2 SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.
PSA 18:3 Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj; epi mwen sove de lènmi mwen yo.
PSA 18:4 Kòd lanmò yo te antoure mwen. Flèv mal ki sòti nan peyi a mò yo te teworize m.
PSA 18:5 Kòd peyi lanmò yo te antoure mwen; pèlen lanmò yo te parèt devan m.
PSA 18:6 Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a, e te kriye a Bondye pou sekou. Depi nan tanp li an, li te tande vwa m. Kri mwen pou sekou devan L te rive nan zòrèy Li.
PSA 18:7 Konsa, latè a te tranble. Fondasyon a mòn yo te tranble. Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.
PSA 18:8 Lafimen te sòti nan nen L. Dife a devoran te soti nan bouch Li. Chalè li te limen chabon.
PSA 18:9 Anplis, Li te bese syèl la e te desann avèk fènwa byen pwès anba pye Li.
PSA 18:10 Li te monte sou yon cheriben, e te vole; Li te vole sou zèl a van yo.
PSA 18:11 Li te sèvi fènwa a tankou kote pou L kache, yon tant ki pou kouvri L. Fènwa nan dlo yo, nwaj pwès nan syèl yo.
PSA 18:12 Soti nan gran klate devan L, gwo nwaj pwès Li yo, Lagrèl avèk chabon dife te pase.
PSA 18:13 Anplis, SENYÈ a te eklate nan syèl yo. Pi Pwisan an te fè vwa l sone: wòch lagrèl yo avèk chabon dife.
PSA 18:14 Li te voye flèch li yo deyò e te gaye yo. Avèk anpil gwo klate, Li te fè yo sove ale.
PSA 18:15 Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt; Fondasyon mond yo te vin toutouni; ak repwòch Ou, O SENYÈ, lè gwo souf sòti nan nen Ou.
PSA 18:16 Li te voye soti an wo. Li te pran m. Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
PSA 18:17 Li te delivre mwen nan men advèsè mwen byen fò; de sila yo ki te rayi mwen yo, paske yo te twò fò pou mwen.
PSA 18:18 Yo te konfwonte mwen nan jou malè mwen, men SENYÈ a te pwotèj mwen.
PSA 18:19 Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj. Li te fè m sekou, akoz Li te pran plezi nan mwen.
PSA 18:20 SENYÈ a te byen rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men m ki pwòp, Li fè m rekonpans.
PSA 18:21 Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a, epi mwen pa t janm kite Bondye mwen an.
PSA 18:22 Paske tout òdonans Li yo te devan m. Mwen pa t janm mete règleman Li yo akote.
PSA 18:23 Anplis, mwen te toujou san fot devan L, e mwen te rete lib de inikite m.
PSA 18:24 Pou sa, SENYÈ a te fè m rekonpans selon ladwati mwen, selon men pwòp ke Li te wè yo.
PSA 18:25 Avèk sila ki gen bon kè, Ou montre kè ki bon. Avèk sila ki san fot, Ou vin parèt san fot.
PSA 18:26 Avèk sila ki san tach, Ou montre li san tach Ou. Epi avèk sila ki kwochi a, Ou parèt koken.
PSA 18:27 Paske Ou sove yon pèp aflije, men sila ak zye ki leve wo yo, Ou bese yo.
PSA 18:28 Paske SENYÈ a va limen lanp mwen. Se Bondye mwen an ki klere tenèb mwen.
PSA 18:29 Paske avèk Ou, mwen kapab kouri sou yon ekip lame. Avèk Bondye mwen, mwen kab vòltije sou yon mi.
PSA 18:30 Pou Bondye, chemen Li san fot. Pawòl SENYÈ a pase a leprèv. Li se yon boukliye pou tout moun k ap pran sekou nan Li.
PSA 18:31 Paske se kilès ke Bondye ye, sof ke SENYÈ a? Epi se kilès ki wòch la, sof ke Bondye nou an.
PSA 18:32 Bondye ki mare senti m ak fòs, epi fè chemen mwen san fot la?
PSA 18:33 Li fè pye m yo vin tankou sèf, epi fè m vin plase kote ki wo yo.
PSA 18:34 Li antrene men m pou batay la, jiskaske men m ka koube banza ki fèt an bwonz.
PSA 18:35 Anplis, Ou te ban mwen boukliye sali Ou e men dwat Ou te ban m soutyen. Se bonte Ou ki fè m gran.
PSA 18:36 Ou fè longè pa m yo lonje pi laj anba m, epi pye m pa t janm chape.
PSA 18:37 Mwen te kouri dèyè lènmi m yo, e mwen te pran yo. Mwen pa t fè bak jiskaske yo tout te fin manje nèt.
PSA 18:38 Mwen va frape yo jiskaske yo pa kab leve. Yo va tonbe anba pye mwen.
PSA 18:39 Ou te mare senti m avèk fòs pou batay la. Ou te soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo.
PSA 18:40 Ou te, anplis, fè lènmi m yo vire do yo ban mwen; konsa mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.
PSA 18:41 Yo te kriye sekou, men pa t gen moun pou sove yo; menm a SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.
PSA 18:42 Mwen te bat yo kraze fen tankou pousyè devan van; mwen te vide jete yo tankou labou nan lari.
PSA 18:43 Ou te delivre mwen devan yon pèp plen ak konfli; Ou te plase mwen kon chèf an tèt a nasyon yo; Yon pèp ke m pa menm konnen, se sèvitè mwen yo ye.
PSA 18:44 Depi yo tande, yo obeyi mwen. Etranje yo soumèt devan m.
PSA 18:45 Etranje yo vin disparèt devan m, epi vin sòti tranblan nan fò yo.
PSA 18:46 SENYÈ a viv! Beni se wòch mwen an. Leve byen wo, se Bondye a sali mwen an.
PSA 18:47 Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, e ki fè pèp yo soumèt anba m nan.
PSA 18:48 Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo. Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki fè rebèl kont mwen yo. Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.
PSA 18:49 Pou sa, mwen va bay remèsiman a Ou menm pami nasyon yo, O SENYÈ, epi mwen va chante lwanj a non Ou.
PSA 18:50 Li bay gran delivrans a wa Li a, epi montre lanmou dous Li a onksyone Li a, a David avèk desandan li yo jis pou tout tan.
PSA 19:1 Pou direktè koral la; yon sòm David Syèl yo ap pale glwa Bondye a. Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.
PSA 19:2 Jou apre jou, l ap pale san rete; Nwit apre nwit, li revele konesans.
PSA 19:3 Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl kote nou pa tande vwa yo.
PSA 19:4 Sepandan, eko yo retanti sou tout latè, ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a. Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,
PSA 19:5 ki tankou yon jennonm ki fenk marye k ap sòti nan chanm li. Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.
PSA 19:6 Li leve soti nan yon pwent syèl, pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan. Anyen pa chape devan chalè li.
PSA 19:7 Lalwa SENYÈ a pafè Li rekonfòte nanm. Temwayaj SENYÈ a vrè, k ap fè saj yo senp.
PSA 19:8 Prensip a SENYÈ yo dwat, ki fè kè rejwi. Kòmandman SENYÈ a san tach. Li fè zye yo limen.
PSA 19:9 Lakrent SENYÈ a pi; Li dire jis pou tout tan. Jijman SENYÈ yo a vrè; Yo jis san manke.
PSA 19:10 Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen. Yo pi dous pase myèl, pase siwo a ki tonbe nan gato myèl la.
PSA 19:11 Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a resevwa avètisman pou fè atansyon. Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.
PSA 19:12 Se kilès ki kab rekonèt fot li? Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.
PSA 19:13 Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo. Pa kite yo vin domine m. Konsa, mwen kab rete san fot, epi va inosan a gran peche.
PSA 19:14 Kite pawòl bouch mwen a avèk refleksyon kè m vin akseptab devan zye Ou, O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
PSA 20:1 Pou direktè koral la; Yon sòm David Ke SENYÈ a kapab reponn ou nan jou gran twoub la! Ke non Bondye Jacob la kapab kenbe ou ansekirite an wo!
PSA 20:2 Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan sanktyè a, epi bay ou soutyen soti nan Sion.
PSA 20:3 Ke Li kapab sonje tout ofrann sereyal ou yo, ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab!
PSA 20:4 Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou, e akonpli tout plan ou yo!
PSA 20:5 Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou. Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo. Ke SENYÈ a kapab akonpli tout priyè ou yo.
PSA 20:6 Alò, mwen konnen ke SENYÈ a va delivre moun onksyone pa Li a. Li va reponn li soti nan syèl sen Li an, avèk delivrans pwisan men dwat Li a.
PSA 20:7 Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo, Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.
PSA 20:8 Yo te pliye e yo te tonbe, men nou te leve e nou te kanpe dwat.
PSA 20:9 Delivre nou O SENYÈ! Ke Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.
PSA 21:1 Pou direktè koral la; Yon sòm David O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan. Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!
PSA 21:2 Ou te bay li dezi a kè li, ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.
PSA 21:3 Paske Ou te vin rankontre Li avèk benediksyon de tout bon bagay. Ou te mete yon kouwòn sou tèt li.
PSA 21:4 Li te mande Ou lavi e Ou te bay li. Yon vi ki long ak jou k ap dire jis pou tout tan.
PSA 21:5 Glwa li gran nan sali pa Ou. Onè ak majeste Ou te mete sou li.
PSA 21:6 Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan; Ou te fè li plen ak lajwa avèk kè kontan nan prezans Ou.
PSA 21:7 Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a. Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a, Li p ap ebranle menm.
PSA 21:8 Men ou va dekouvri tout lènmi ou yo. Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo.
PSA 21:9 Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou. SENYÈ a va vale yo nèt nan kòlè Li, epi dife va devore yo.
PSA 21:10 Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè, epi desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo.
PSA 21:11 Malgre yo te anvizaje mal kont Ou, e te fòme yon konplo, yo p ap reyisi.
PSA 21:12 Paske Ou va fè yo vire do yo. Ou va pwente banza sou figi yo ak bon kontwòl.
PSA 21:13 Ke Ou leve wo, O SENYÈ, ak tout fòs Ou! Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.
PSA 22:1 Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an; Yon sòm David. Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou te abandone m? Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.
PSA 22:2 O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn. E nan lannwit men m pa jwenn repo.
PSA 22:3 Sepandan, Ou sen; Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.
PSA 22:4 Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo. Yo te mete konfyans yo nan Ou, e Ou te delivre yo.
PSA 22:5 A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre. Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.
PSA 22:6 Men mwen se yon vè, mwen pa menm yon moun. Parèt abominab devan lèzòm, e meprize pa tout moun.
PSA 22:7 Tout moun ki wè m vin moke mwen. Yo separe avèk lèv yo e yo souke tèt yo pou di:
PSA 22:8 Li mete konfyans nan SENYÈ a. Kite Li menm delivre li. Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.
PSA 22:9 Sepandan, Ou menm se Sila ki te fè m sòti nan vant manman m nan. Ou te fè m gen konfyans depi m t ap souse tete manman m.
PSA 22:10 Sou Ou, mwen te depann depi nesans mwen. Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.
PSA 22:11 Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre. Paske nanpwen moun ki pou ede m.
PSA 22:12 Anpil towo vin antoure m. Towo fò a Basan yo te ansèkle m.
PSA 22:13 Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen, tankou yon lyon voras k ap rele fò.
PSA 22:14 Mwen vin vide tankou dlo. Tout zo m fin dejwente.
PSA 22:15 Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.
PSA 22:16 Konsa, chen yo vin antoure mwen. Yon bann malfektè vin ansèkle m. Yo te pèse dwat mwen avèk pye m.
PSA 22:17 Mwen kab kontwole tout zo m yo. Yo gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.
PSA 22:18 Yo divize rad mwen pami yo. Pou vètman m, yo tire osò.
PSA 22:19 Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen! Ou menm, sekou mwen, fè vit, vin rive ede m!
PSA 22:20 Delivre nanm mwen devan nepe a, lavi mwen devan pouvwa a chen an.
PSA 22:21 Fè m sekou soti nan bouch a lyon an, soti sou kòn a bèf mawon. Wi, Ou menm te reponn mwen.
PSA 22:22 Mwen va pale non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.
PSA 22:23 Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li. Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa! Kanpe byen sezi devan L, nou tout, desandan Israël yo.
PSA 22:24 Paske Li pa t meprize ni rayi afliksyon a aflije yo. Ni Li pa t kache figi Li a li menm, men lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.
PSA 22:25 Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti nan gran asanble a; Mwen va akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.
PSA 22:26 Aflije yo va manje e va satisfè. Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a. Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!
PSA 22:27 Tout ekstremite tè a nèt va sonje. Yo va vire bò kote SENYÈ a. Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va adore devan Ou.
PSA 22:28 Paske wayòm nan se pou SENYÈ a, e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.
PSA 22:29 Tout moun byen reyisi sou latè va manje e adore. Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li, Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.
PSA 22:30 Jenerasyon yo va sèvi Li. Yo va pale de SENYÈ a a desandan yo k ap vini an.
PSA 22:31 Yo va vini. Yo va deklare ladwati Li a yon pèp ki va vin fèt. Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.
PSA 23:1 Yon sòm David Bondye se bèje mwen; mwen p ap janm manke anyen.
PSA 23:2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo. Li mennen m akote dlo pezib yo.
PSA 23:3 Li restore nanm mwen. Li gide mwen nan chemen ladwati yo, akoz non sen Li an.
PSA 23:4 Malgre mwen ta mache nan vale lonbraj lanmò a, mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m. Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
PSA 23:5 Ou ranje yon tab devan mwen nan prezans lènmi mwen yo. Ou onksyone tèt mwen avèk lwil. Tas mwen fin debòde nèt.
PSA 23:6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo, E mwen va viv lakay SENYÈ a jis pou tout tan.
PSA 24:1 Yon sòm David Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann; lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
PSA 24:2 Li te fonde li sou lanmè yo, e te etabli li sou rivyè yo.
PSA 24:3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a? Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?
PSA 24:4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach, ki pa leve nanm li vè sa ki fo, ni ki pa fè fo temwayaj.
PSA 24:5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a, ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
PSA 24:6 Sa se jenerasyon a sila k ap chache Li yo, k ap chache figi Ou—menm Jacob. Tan
PSA 24:7 Leve wo lento ou yo, o pòtay yo! Leve wo, o pòt ansyen yo! Pou Wa glwa a kapab antre!
PSA 24:8 Se kilès ki Wa a glwa a? SENYÈ fò e pwisan an, SENYÈ a pwisan nan batay la.
PSA 24:9 Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo! Leve wo, O pòt ansyen yo! Pou Wa glwa a kapab antre!
PSA 24:10 Se kilès ki Wa glwa a? SENYÈ dèzame yo! Se Li menm ki Wa glwa a. Tan.
PSA 25:1 Yon sòm David A Ou menm, O SENYÈ, mwen leve nanm mwen.
PSA 25:2 O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen. Pa kite mwen vin wont; pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.
PSA 25:3 Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont; sila ki fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.
PSA 25:4 Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ; enstwi m nan chemen Ou yo.
PSA 25:5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen, Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen; se Ou m ap tann tout lajounen.
PSA 25:6 Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a, Paske se yo ki la depi tan ale nèt.
PSA 25:7 Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo. Selon lanmou dous Ou, sonje mwen, Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
PSA 25:8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a; pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.
PSA 25:9 Li dirije enb yo nan jistis, e Li va enstwi enb yo nan chemen Li.
PSA 25:10 Tout chemen Bondye se nan lanmou dous avèk verite pou sila ki kenbe akò Li yo ak temwayaj Li yo.
PSA 25:11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ, padone inikite mwen, paske li anpil.
PSA 25:12 Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a? Li va enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.
PSA 25:13 Nanm li va viv alèz. Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.
PSA 25:14 Lamitye SENYÈ a se pou sila ki gen lakrent Li yo. Li va fè yo konnen akò Li.
PSA 25:15 Zye m toujou vè SENYÈ a, paske Li va retire pye mwen nan pèlen an.
PSA 25:16 Vire vè mwen e fè m gras, paske mwen abandone e aflije.
PSA 25:17 Twoub a kè m yo vin plis. Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.
PSA 25:18 Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo, e padone tout peche mwen yo.
PSA 25:19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil. Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.
PSA 25:20 Gade nanm mwen e delivre mwen. Pa kite m vin wont, paske mwen pran refij nan Ou menm.
PSA 25:21 Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen, paske se Ou m ap tann.
PSA 25:22 Delivre Israël, O Bondye, sou tout twoub li yo.
PSA 26:1 Yon sòm David Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen. Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.
PSA 26:2 Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv. Sonde panse mwen avèk kè m.
PSA 26:3 Paske lanmou dous Ou a devan zye m. Mwen te mache nan verite Ou.
PSA 26:4 Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo. Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran pòz yo.
PSA 26:5 Mwen rayi asanble malfektè yo, e mwen pa chita avèk mechan yo.
PSA 26:6 Mwen va lave men m nan inosans, e mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,
PSA 26:7 pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a, e deklare tout mèvèy Ou yo.
PSA 26:8 O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou, avèk kote ke glwa Ou rete a.
PSA 26:9 Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo, ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo,
PSA 26:10 nan men a sila ki gen manèv mechan yo, ki nan mechanste pote kado vèse anba tab yo.
PSA 26:11 Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen. Delivre mwen e fè m gras.
PSA 26:12 Pye m kanpe sou yon plas byen plat. Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a.
PSA 27:1 Yon sòm David SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz?
PSA 27:2 Lè malfektè yo te rive sou mwen pou yo ta devore chè m, advèsè mwen yo ak lènmi m yo te chape tonbe.
PSA 27:3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè. Malgre lagè leve kont mwen, malgre sa, m ap gen konfyans.
PSA 27:4 Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a; se li mwen va chache: pou m ta kab rete lakay SENYÈ a tout jou lavi m yo, pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.
PSA 27:5 Paske nan jou twoub la, Li va kache mwen nan tabènak Li. Nan plas sekrè kote tant Li an ye a, se la Li va fè m kache. Li va leve mwen sou yon wòch.
PSA 27:6 Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo sou lènmi m ki antoure m yo. Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa. Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.
PSA 27:7 Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m. Fè m gras e reponn mwen.
PSA 27:8 Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”, kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ, se li mwen va chache.”
PSA 27:9 Pa kache figi Ou de mwen. Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou. Se Ou ki konn sekou mwen. Pa abandone mwen, ni kite m sèl, O Bondye delivrans mwen an.
PSA 27:10 Paske papa m ak manman m te abandone mwen, Men SENYÈ a va ranmase mwen.
PSA 27:11 Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ. Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.
PSA 27:12 Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo, paske fo temwen yo vin leve kont mwen, sila k ap respire vyolans yo.
PSA 27:13 Mwen toujou gen konfyans sa a: ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.
PSA 27:14 Tann SENYÈ a. Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj. Wi, tann SENYÈ a.
PSA 28:1 Yon sòm David A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele! Wòch mwen an, pa vin soud devan m, paske si Ou rete silan devan mwen, mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.
PSA 28:2 Tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m kriye a Ou menm pou sekou, lè m leve men m vè sanktyè sen Ou an.
PSA 28:3 Pa rale m sòti avèk mechan yo, avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo, pandan mechanste nan kè yo.
PSA 28:4 Rekonpanse yo selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo. Rekonpanse yo selon zèv men yo. Remèt yo tout rekonpans pa yo.
PSA 28:5 Akoz yo pa okipe zèv a SENYÈ yo, ni travay men Li yo. Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap fè yo remonte.
PSA 28:6 Beni se SENYÈ a, akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.
PSA 28:7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen. Kè m mete konfyans nan Li, e mwen jwenn sekou. Pou sa, kè m leve wo nèt. Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
PSA 28:8 SENYÈ a se fòs yo. Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.
PSA 28:9 Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a. Devni bèje yo tou, e bay yo soutyen jis pou tout tan.
PSA 29:1 Yon sòm David Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo, bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.
PSA 29:2 Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a. Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen.
PSA 29:3 Vwa SENYÈ a sou dlo yo. Bondye glwa a fè tonnè gwonde, eklate. SENYÈ a sou anpil dlo.
PSA 29:4 Vwa SENYÈ a gen gwo fòs. Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.
PSA 29:5 Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo. Wi, SENYÈ a fann an mòso bwa sèd Liban yo.
PSA 29:6 Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e Sirion tankou yon jèn bèf mawon.
PSA 29:7 Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife.
PSA 29:8 Vwa SENYÈ a souke savann nan. Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.
PSA 29:9 Vwa SENYÈ a fè bich la fè pitit. Li fè forè a vin toutouni. Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!
PSA 29:10 SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an. Wi, SENYÈ a chita kon Wa jis pou tout tan.
PSA 29:11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a. SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.
PSA 30:1 Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen. Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.
PSA 30:2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm, e Ou te geri mwen.
PSA 30:3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo. Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.
PSA 30:4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo. Bay remèsiman a sen non Li.
PSA 30:5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman, men Bonte Li se pou tout tan. Kriye a kapab dire pou nwit lan, men kri lajwa a vin parèt nan maten.
PSA 30:6 Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen, “Mwen p ap janm ebranle.”
PSA 30:7 O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm. Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt.
PSA 30:8 A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele. A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo:
PSA 30:9 “Ki benefis ki genyen nan san mwen si mwen desann nan gwo fòs la? Èske pousyè a kab louwe Ou? Èske li va deklare fidelite Ou?
PSA 30:10 Tande, O SENYÈ e fè m gras. O SENYÈ, ban m soutyen.”
PSA 30:11 Ou te chanje doulè mwen, e sa te fè m vin danse ak lajwa; Ou te demare rad twal sak mwen an, e te mare senti m avèk kè kontan.
PSA 30:12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va bay Ou glwa pou tout tan, nèt.
PSA 31:1 Yon Sòm David Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache. Pa janm kite mwen vin wont. Nan ladwati Ou, delivre mwen.
PSA 31:2 Panche zòrèy W bò kote mwen. Delivre mwen byen vit. Devni pou mwen wòch ki ban m fòs, yon sitadèl ki pou sove m.
PSA 31:3 Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen, konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.
PSA 31:4 Ou va rale m sòti nan filè ke yo te prepare an sekrè pou mwen an, paske se Ou ki fòs mwen.
PSA 31:5 Nan men Ou, mwen mete lespri mwen. Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.
PSA 31:6 Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo, men nan Bondye, mwen mete konfyans mwen.
PSA 31:7 Mwen va rejwi e fè kè kontan nan lanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen. Ou te wè soufrans a nanm mwen.
PSA 31:8 Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an. Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.
PSA 31:9 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. Zye m ak kò m ak nanm mwen; tout fin gate nèt akoz doulè m.
PSA 31:10 Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m, ane mwen yo avèk soupi. Fòs mwen fin ale akoz inikite m. Kò mwen fin epwize.
PSA 31:11 Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te devni yon objè abominab, sitou a vwazen mwen yo, e yon objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo. Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.
PSA 31:12 Mwen fin bliye tankou yon moun mouri, disparèt nan panse moun. Mwen tankou yon veso ki fin kraze.
PSA 31:13 Paske mwen konn tande kout lang anpil moun, laperèz toupatou. Yo pran konsèy ansanm kont mwen. Yo te fè konplo pou rache lavi m.
PSA 31:14 Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ. Mwen di: “Se Ou menm ki Bondye mwen”.
PSA 31:15 Moman mwen yo nan men Ou. Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo, avèk sila ki pèsekite mwen yo.
PSA 31:16 Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a. Sove mwen nan lanmou dous Ou a.
PSA 31:17 Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ, paske se Ou ke m rele.
PSA 31:18 Kite lèv ki manti yo sispann, sila yo k ap pale ak awogans kont moun dwat yo, k ap fè ògèy pou desann moun.
PSA 31:19 Men a la gran, bonte ke Ou te konsève pou sila ki krent Ou yo, ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!
PSA 31:20 Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm. Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj kont konplo a tout lang lèzòm.
PSA 31:21 Beni se SENYÈ a, paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a anvè mwen nan yon vil byen fò.
PSA 31:22 Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen: “Mwen koupe retire nèt devan zye Ou”. Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m te kriye a Ou menm.
PSA 31:23 O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo! SENYÈ a toujou prezève moun fidèl yo, e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.
PSA 31:24 Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj, nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.
PSA 32:1 Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon A la beni se sila ki padone pou transgresyon li, pou peche li ki kouvri a!
PSA 32:2 A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la, e nan lespri a sila ki pa gen manti a.
PSA 32:3 Lè m te kenbe silans selon peche mwen, kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.
PSA 32:4 Paske lajounen kon lannwit, men Ou te lou sou mwen. Fòs mwen te epwize vin bese tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan
PSA 32:5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou, e inikite mwen, mwen pa t ankò kache. Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”, epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.
PSA 32:6 Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm, nan yon lè ke Ou toujou disponib. Anverite, nan gran flèv dlo yo, yo p ap kab rive kote Li ankò.
PSA 32:7 Ou se kote ke m konn kache a. Ou pwoteje mwen kont gwo twoub. Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.
PSA 32:8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen nan sila ou dwe ale a. Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
PSA 32:9 Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou.
PSA 32:10 Anpil se tristès a mechan yo, men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a, se lanmou dous ki va antoure li.
PSA 32:11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis! Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.
PSA 33:1 Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo! Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.
PSA 33:2 Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita. Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.
PSA 33:3 Chante a Li menm yon chan tounèf. Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.
PSA 33:4 Paske pawòl SENYÈ a dwat. Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.
PSA 33:5 Li renmen ladwati avèk jistis. Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.
PSA 33:6 Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt: pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.
PSA 33:7 Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil. Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.
PSA 33:8 Kite tout latè krent SENYÈ a. Kite tout sila ki rete nan mond lan kanpe etone nèt pa Li menm.
PSA 33:9 Paske Li te pale e mond lan te fèt. Li te kòmande e li te kanpe fèm.
PSA 33:10 SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo. Li anile pwojè a pèp yo.
PSA 33:11 Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan, e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.
PSA 33:12 Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,
PSA 33:13 pèp ke Li te chwazi pou pwòp eritaj Li a. SENYÈ a gade depi nan syèl la. Li wè tout fis a lòm yo.
PSA 33:14 Soti nan abitasyon Li an, Li veye sou tout sila ki rete sou latè yo.
PSA 33:15 Li menm ki fòme kè a yo tout, Li menm ki konprann tout zèv yo.
PSA 33:16 Wa a pa sove pa yon lame pwisan. Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.
PSA 33:17 Yon cheval se yon fo espwa pou viktwa a, ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.
PSA 33:18 Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo, sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
PSA 33:19 pou delivre nanm pa yo devan lanmò, e kenbe yo vivan nan gwo grangou.
PSA 33:20 Nanm nou ap tann SENYÈ a. Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.
PSA 33:21 Paske kè nou rejwi nan Li, akoz nou mete konfyans nou nan sen non Li.
PSA 33:22 Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou, selon esperans ke nou te mete nan Ou a.
PSA 34:1 Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati. Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan. Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.
PSA 34:2 Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a. Enb yo va tande l, e yo va rejwi.
PSA 34:3 O leve SENYÈ a byen wo avè m. Annou leve non L wo ansanm.
PSA 34:4 Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen, epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
PSA 34:5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè. Figi yo p ap janm wont.
PSA 34:6 Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li, epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.
PSA 34:7 Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo, epi li sove yo nan gwo twoub.
PSA 34:8 O goute e wè ke Bondye bon. A la beni nonm ki kache nan Li a beni!
PSA 34:9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo. Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
PSA 34:10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou, men sila ki chache SENYÈ yo, p ap manke okenn bon bagay.
PSA 34:11 Vini, pitit, koute mwen. Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
PSA 34:12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
PSA 34:13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal, e lèv ou pou pa bay manti.
PSA 34:14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon. Chache lapè e fè efò pou twouve li.
PSA 34:15 Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo. Zòrèy Li koute kri yo.
PSA 34:16 Figi SENYÈ a kont malfektè yo, pou efase memwa yo sou tè a.
PSA 34:17 Moun dwat kriye. SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
PSA 34:18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo, epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
PSA 34:19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la, men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
PSA 34:20 Li konsève tout zo li yo. Pa menm youn nan yo va kase.
PSA 34:21 Se mechanste ki va touye mechan an. Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.
PSA 34:22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo. P ap gen nan sila ki kache nan Li yo k ap kondane.
PSA 35:1 Yon Sòm David Fè fòs SENYÈ, kont sila k ap sèvi ak fòs kont mwen yo. Goumen ak sila k ap goumen kont mwen yo.
PSA 35:2 Pran an men boukliye ak pwotèj la, epi leve kon sekou mwen.
PSA 35:3 Anplis rale lans ak rach batay la pou rankontre sila k ap kouri dèyè m yo. Pale ak nanm mwen “Se Mwen ki delivrans ou”!
PSA 35:4 Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e dezonore. Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen Vire do fè bak plen imiliyasyon.
PSA 35:5 Kite yo vin tankou pay nan van, avèk zanj SENYÈ a k ap pouse yo ale.
PSA 35:6 Kite wout yo plen avèk tenèb e vin glisan, Avèk zanj SENYÈ a k ap kouri dèyè yo.
PSA 35:7 Paske san koz, yo te kache pèlen yo pou mwen. San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen.
PSA 35:8 Kite l fin detwi nèt san l pa konnen. Kite pèlen ke li te prepare a, kenbe li menm. Kite l tonbe nan destriksyon sa a.
PSA 35:9 Nanm mwen va rejwi nan SENYÈ a. Li va leve wo nan delivrans Li.
PSA 35:10 Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm? Kilès ki delivre aflije yo nan men a sila ki twò fò pou li yo? Wi, ak aflije e malere yo k ap soti nan men a sila menm k ap vòlè yo?”
PSA 35:11 Fo temwen sovaj yo leve. Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.
PSA 35:12 Yo remèt mwen mal pou byen, jiskaske gwo tristès antre nan nanm mwen.
PSA 35:13 Men pou mwen menm, lè yo te malad, rad mwen te vin twal sak; Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn, epi lapriyè m te kontinye retounen nan kè m.
PSA 35:14 Mwen te ale toupatou konsi se te zanmi mwen, oswa frè mwen. Mwen te koube ak gwo tristès, tankou yon moun ta fè dèy pou manman li.
PSA 35:15 Men moman ke m te chape tonbe a, yo te rejwi, e te reyini yo ansanm. San ke mwen pa menm konnen, agresè sa yo te rasanble kont mwen. Yo t ap chire m san rete.
PSA 35:16 Kon giyon vilgè, yo te fè konsi yo ta mòde m ak dan yo.
PSA 35:17 SENYÈ, jiskilè Ou va kontinye gade bagay sa a konsa? Sove nanm mwen kont ravaj yo, Sèl lavi mwen genyen kont lyon yo.
PSA 35:18 Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a. Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.
PSA 35:19 Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.
PSA 35:20 Paske yo pa pale lapè, men yo divize pawòl nan twonpe sila ki kalm nan peyi yo.
PSA 35:21 Yo te ouvri bouch yo laj kont mwen. Yo te di: “Men li, men li, zye nou te wè l!”
PSA 35:22 Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans O SENYÈ, pa rete lwen m.
PSA 35:23 Reveye Ou! Reveye Ou pou dwa m ak koz mwen, Bondye mwen ak SENYÈ mwen.
PSA 35:24 Jije mwen, O SENYÈ, Bondye mwen an, selon dwati Ou. Pa kite yo rejwi sou mwen.
PSA 35:25 Pa kite yo di nan kè yo: “Men konsa, men sa nou pi pito a!” Pa kite yo di: “Nou gen tan fin vale li nèt!”
PSA 35:26 Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont. Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.
PSA 35:27 Kite sila ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi. Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo, Li ki pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.”
PSA 35:28 Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou avèk lwanj Ou tout lajounen.
PSA 36:1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye. Nanpwen krent Bondye devan zye l.
PSA 36:2 Jan li kontan ak pwòp tèt li, li pa janm wè pwòp peche pa l la.
PSA 36:3 Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti. Li fè yon chemen ki pa bon.
PSA 36:4 Sou kabann li, li fè plan mechan; Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; Li pa rayi mal.
PSA 36:5 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo, fidelite Ou nan syèl la.
PSA 36:6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo, ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè. O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.
PSA 36:7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye! Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.
PSA 36:8 Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou. Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.
PSA 36:9 Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a. Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
PSA 36:10 O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo, ak ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.
PSA 36:11 Pa kite pye ògèy vini sou mwen, ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.
PSA 36:12 Se la sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe. Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.
PSA 37:1 Yon Sòm David Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.
PSA 37:2 Paske yo va fennen vit tankou zèb chan, e disparèt tankou zèb ki vèt.
PSA 37:3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
PSA 37:4 Pran plezi ou nan SENYÈ a. Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.
PSA 37:5 Dedye chemen ou a SENYÈ a. Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:
PSA 37:6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè, Ak jijman ou klere kon midi.
PSA 37:7 Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans; Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an, Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
PSA 37:8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal. Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste
PSA 37:9 Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt, men sila k ap tann SENYÈ yo, va vin genyen peyi a kon eritaj yo.
PSA 37:10 Men yon ti tan ankò, mechan an va disparèt. Ou va chache avèk atansyon plas li, men li p ap egziste.
PSA 37:11 Konsa, enb yo va fè eritaj peyi a. Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.
PSA 37:12 Mechan an fè konplo kont sila ki dwat yo. Li manje dan l sou li.
PSA 37:13 SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke jou li a ap rive.
PSA 37:14 Mechan yo rale nepe e koube banza yo, pou jete aflije yo avèk malere a, pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.
PSA 37:15 Nepe yo va antre nan pwòp kè yo. Banza yo ap kase.
PSA 37:16 Pi bon se ti kras a moun dwat yo, pase abondans anpil a mechan yo.
PSA 37:17 Paske bra a mechan yo va kase, men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.
PSA 37:18 SENYÈ a konnen jou a sila ki dwat yo. Eritaj yo va dire jis pou tout tan.
PSA 37:19 Yo p ap wont nan move tan. Nan jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.
PSA 37:20 Men mechan yo va peri. Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo. Yo va vin disparèt. Tankou lafimen, yo ale nèt.
PSA 37:21 Mechan an prete, men li pa remèt, men moun dwat la ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.
PSA 37:22 Paske sila ke Bondye beni yo, va eritye peyi a, men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.
PSA 37:23 Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a. Konsa, Li pran plezi nan chemen li.
PSA 37:24 Lè li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt, paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.
PSA 37:25 Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun, men mwen poko wè moun dwat ki abandone, ni desandan li yo k ap mande pen.
PSA 37:26 Tout lajounen, moun dwat la plen ak gras pou prete moun. Desandan li yo se yon benediksyon.
PSA 37:27 Kite mal e fè sa ki bon, pou ou kab viv jis pou tout tan.
PSA 37:28 Paske SENYÈ a renmen jistis, e li pa abandone fidèl li yo. Yo prezève pou tout tan, men mechan yo va vin koupe retire nèt.
PSA 37:29 Moun ladwati yo va eritye peyi a, pou viv ladann pou tout tan.
PSA 37:30 Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès, epi lang li va pale jistis.
PSA 37:31 Lalwa Bondye nan kè li. Pa li yo pa janm glise.
PSA 37:32 Mechan an ap veye dwat la pou chache touye li.
PSA 37:33 SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li, ni kite li kondane lè li jije.
PSA 37:34 Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an. Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a. Lè mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.
PSA 37:35 Mwen konn wè yon nonm mechan e vyolan Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.
PSA 37:36 Konsa, li mouri nèt, e vwala, li pa t la ankò. Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.
PSA 37:37 Byen remake nonm san tò a, epi gade byen nonm ladwati a, paske nonm lapè a va gen posterite.
PSA 37:38 Men pechè a va detwi nèt. Posterite a mechan an va koupe retire nèt.
PSA 37:39 Men delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a. Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.
PSA 37:40 SENYÈ a ede yo e delivre yo. Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo. Li sove yo, akoz se nan Li ke yo kache.
PSA 38:1 Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.
PSA 38:2 Paske flèch Ou yo fin antre fon anndan m, epi men Ou fin peze m.
PSA 38:3 Nanpwen anyen ki ansante nan chè m, akoz endiyasyon Ou. Nanpwen lasante nan zo m yo akoz peche mwen.
PSA 38:4 Paske inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen. Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.
PSA 38:5 Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz foli mwen.
PSA 38:6 Mwen fin koube nèt e bese anpil. Mwen ap fè doulè tout lajounen.
PSA 38:7 Paske ren mwen plen ak brile. Nanpwen anyen ansante nan chè m.
PSA 38:8 Mwen pa kab santi anyen ankò. Mwen fin kraze nèt. Vwa m plenyen akoz kè m ajite.
PSA 38:9 SENYÈ, tout volonte m devan Ou. Tout plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.
PSA 38:10 Kè m bat fò, fòs mwen kite m. Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.
PSA 38:11 Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo kanpe nan distans akoz touman m. Fanmi m yo kanpe byen lwen.
PSA 38:12 Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen. Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon. Y ap manniganse trayizon tout lajounen.
PSA 38:13 Men mwen menm, tankou yon moun mouri, mwen pa tande; Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.
PSA 38:14 Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande. E nan bouch mwen, pa gen repons.
PSA 38:15 Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ. Ou va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.
PSA 38:16 Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen. Pou lè pye m chape, pou yo ta vante tèt yo kont mwen.”
PSA 38:17 Paske mwen prèt pou tonbe. Tristès mwen devan m tout tan.
PSA 38:18 Konsa, mwen konfese inikite mwen. Mwen ranpli avèk regrè akoz peche m.
PSA 38:19 Men lènmi m yo plen kouraj e fò. Yo anpil ki rayi mwen san koz.
PSA 38:20 Sila ki remèt mal pou byen yo se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.
PSA 38:21 Pa abandone m, O SENYÈ. O Bondye m nan, pa rete lwen m!
PSA 38:22 Fè vit pou ede mwen, O SENYÈ, delivrans mwen an!
PSA 39:1 Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David Mwen te di, mwen va veye chemen mwen, pou m pa fè peche ak lang mwen. Mwen va veye bouch mwen, konsi li gen yon brid ladann toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.
PSA 39:2 Mwen te tankou bèbè e mwen te rete an silans. Mwen te evite menm sa ki ta kab bon. Konsa, tristès mwen te vin pi mal.
PSA 39:3 Kè m te cho anndan m. Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile. Konsa, mwen te pale ak lang mwen:
PSA 39:4 SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo. Fè m konnen ke m fèb anpil.
PSA 39:5 Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole tankou lajè a men m ki louvri. Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou. Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.
PSA 39:6 Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj. Anverite, yo fè gwo zen pou ryen. Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.
PSA 39:7 Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan? Espwa m se nan Ou.
PSA 39:8 Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo. Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.
PSA 39:9 Mwen tounen tibebe. Mwen pa ouvri bouch mwen, akoz se Ou ki te fè sa.
PSA 39:10 Rete touman Ou sou mwen. Kou men Ou venk mwen. M ap peri.
PSA 39:11 Avèk repwòch, Ou fè chatiman a yon nonm pou inikite li. Ou manje tankou mit nan rad sa ki konsidere pi chè pou li menm nan. Anverite, tout moun se sèlman yon souf.
PSA 39:12 Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e prete zòrèy Ou a kri mwen. Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m. Paske mwen se yon etranje devan Ou, yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.
PSA 39:13 Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò, avan ke m mouri pou m pa la ankò.”
PSA 40:1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a. Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.
PSA 40:2 Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a, sòti deyò gwo ma ajil la. Li te mete pye m sou wòch la e te fè m kanpe byen fèm.
PSA 40:3 Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen, yon chan lwanj Bondye nou an. Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va mete konfyans nan Bondye.
PSA 40:4 A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a, e ki pa t vire vè moun ògèy yo, ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.
PSA 40:5 Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an, se mèvèy ke Ou te fè yo, ak panse Ou yo anvè nou. Nanpwen ki kab konpare avèk Ou. Si m ta deklare yo e pale sou yo tout, yo ta vin twòp pou m ta kab konte.
PSA 40:6 Sakrifis avèk ofrann sereyal, Ou pa t dezire yo. Ou te ouvri zòrèy mwen. Ofrann brile avèk ofrann peche yo, Ou pa t mande yo.
PSA 40:7 Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini. Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm.
PSA 40:8 Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou nan kè m.”
PSA 40:9 Mwen te pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a; Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen; O SENYÈ, Ou konnen.
PSA 40:10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m. Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou. Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk verite Ou devan gran asanble a.
PSA 40:11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen. Lanmou dous Ou avèk verite Ou va prezève mwen tout tan.
PSA 40:12 Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen. Inikite mwen yo te fin pran m nèt jiskaske mwen pa t kab wè. Yo plis pase cheve sou tèt mwen. Kè m fin fè fayit.
PSA 40:13 Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen. Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.
PSA 40:14 Kite sila yo vin wont e imilye ansanm, sila ki chache lavi mwen pou detwi li. Kite sila yo vire fè bak e dezonore, sila ki pran plezi nan fè m mal yo.
PSA 40:15 Kite sila yo etone nèt akoz wont yo, sila ki di mwen: “Wayan, wayan!”
PSA 40:16 Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite tout sila ki renmen sali Ou yo pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab leve wo!”
PSA 40:17 Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen, kite SENYÈ a toujou sonje mwen. Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen. Pa fè reta, O Bondye mwen an.
PSA 41:1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David A la beni sila ki konsidere ka malere a beni! SENYÈ a va delivre li nan jou twoub li.
PSA 41:2 SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv. Li va rele beni sou latè a. Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo.
PSA 41:3 SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan. Nan maladi li, li va restore li a lasante.
PSA 41:4 Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras. Geri nanm mwen paske mwen te peche kont Ou.”
PSA 41:5 Lènmi m yo pale mal kont mwen: “Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”
PSA 41:6 Si li vin wè m, li bay manti. Kè li ranmase mechanste pou kont li. Lè l sòti deyò, li pale sa.
PSA 41:7 Tout sila ki rayi mwen yo soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt. Kont mwen, yo fè plan pou donmaje mwen epi yo di:
PSA 41:8 “Yon bagay mechan gen tan pran l, pou lè l kouche, pou l pa leve ankò.”
PSA 41:9 Menm zanmi ki te pre m nan, nan sila mwen te mete konfyans la, li ki te manje pen mwen an, te leve talon li kont mwen.
PSA 41:10 Men Ou menm, O SENYÈ, fè m gras e fè m leve pou m kab bay yo rekonpans yo.
PSA 41:11 Se konsa mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen. Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen.
PSA 41:12 Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m, epi Ou mete mwen nan prezans Ou jis pou tout tan.
PSA 41:13 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, soti pou tout tan, jis rive pou tout tan. Amen e amen.
PSA 42:1 Pou direktè koral la. Yon refleksyon pa fis Kore yo. Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan, Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.
PSA 42:2 Nanm mwen swaf pou Bondye, Pou Bondye vivan an. Se kilè mwen kab vini pou parèt devan Bondye?
PSA 42:3 Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit. Pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye ou a?”
PSA 42:4 Bagay sa yo mwen sonje e mwen vide nanm mwen nèt anndan m. Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la, pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye, avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.
PSA 42:5 Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa? Epi poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.
PSA 42:6 O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen. Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.
PSA 42:7 Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo. Tout gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.
PSA 42:8 SENYÈ a va òdone lanmou dous Li a nan lajounen, chan Li yo va avèk mwen pandan nwit lan: Yon lapriyè a Bondye lavi mwen an.
PSA 42:9 Mwen va di a Bondye, wòch mwen an: “Poukisa Ou te bliye mwen? Poukisa mwen antre nan tristès akoz opresyon lènmi an?”
PSA 42:10 Se tankou tout zo mwen yo kraze, jan advèsè mwen yo anmède mwen, pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye Ou a”?
PSA 42:11 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen? Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò, O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.
PSA 43:1 Deklare m inosan, O Bondye mwen! Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl. O delivre mwen soti nan men a lèzòm mantè e enjis yo!
PSA 43:2 Paske Ou se Bondye fòs mwen an. Poukisa Ou rejte m? Poukisa mwen fè dèy akoz opresyon a lènmi an?
PSA 43:3 Voye limyè Ou deyò avèk verite Ou; kite yo mennen mwen. Kite yo mennen m nan mòn sen Ou an ak kote Ou abite yo.
PSA 43:4 Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a, Bondye lajwa m ki depase limit lan. Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj, O Bondye, Bondye mwen an.
PSA 43:5 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? E poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye! Paske m ap louwe Li ankò: O sove m, soutyen mwen an, ak Bondye m.
PSA 44:1 Pou direktè koral la; Yon Sòm refleksyon pa fis a Koré yo O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou. Zansèt nou yo te pale nou travay ke Ou te fè nan jou pa yo, nan jou ansyen yo.
PSA 44:2 Ou menm, avèk pwòp men Ou, Ou te chase mete nasyon yo deyò, men Ou te plante yo. Ou te foule yo anba. Ou te aflije yo, Ou te gaye yo toupatou.
PSA 44:3 Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a, ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo, men se men dwat Ou avèk bra Ou, ak limyè prezans Ou an, akoz Ou te bay yo favè.
PSA 44:4 Se Ou menm ki Wa m, O Bondye. Òdone viktwa pou Jacob.
PSA 44:5 Ak pouvwa Ou menm, nou va pouse fè advèsè nou fè bak; Nan non Ou, nou va pile fè desann sila ki leve kont nou yo.
PSA 44:6 Paske mwen p ap mete konfyans nan banza mwen, ni se pa nepe m k ap sove mwen.
PSA 44:7 Men Ou te sove nou kont advèsè nou yo, Epi Ou te fè tout sila ki rayi nou yo wont.
PSA 44:8 Nan Bondye, nou te louwe tout lajounen. Nou va bay remèsiman a non Ou jis pou tout tan.
PSA 44:9 Alò, koulye a, Ou rejte nou, e mennen nou nan gwo wont. Ou pa sòti ankò avèk lame nou yo.
PSA 44:10 Ou fè nou vire fè bak devan advèsè a, epi sila ki rayi nou yo fè piyaj pou kont yo.
PSA 44:11 Ou te fè nou kon mouton, tankou mouton ki te livre pou manje, epi te gaye nou pami nasyon yo.
PSA 44:12 Ou vann pèp Ou bon mache e Ou pa fè pwofi nan vant lan.
PSA 44:13 Ou fè nou repwòche devan vwazen nou yo, yon objè ki moke e giyonnen pa sila ki antoure nou yo.
PSA 44:14 Ou fè nou tounen yon vye mò pami nasyon yo, Yon rizib ki fè moun ri pami pèp yo.
PSA 44:15 Tout lajounen dezonè sa a rete la devan m, epi imilyasyon mwen kraze m nèt.
PSA 44:16 Akoz vwa a sila ki fè m repwòch e ki meprize mwen, akoz prezans lènmi an avèk vanjè a.
PSA 44:17 Tout sa gen tan rive sou nou, men nou pa te bliye Ou, ni nou pa t aji nan manti selon akò Ou a.
PSA 44:18 Kè nou pa t vire fè bak, ni pa nou yo pa t varye soti nan chemen Ou.
PSA 44:19 Malgre, Ou te kraze nou nan landwa chen mawon yo, e te kouvri nou avèk lonbraj lanmò a.
PSA 44:20 Si nou te bliye non a Bondye nou an, oswa lonje men nou vè yon lòt dye etranje,
PSA 44:21 èske Bondye pa ta dekouvri sa a? Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.
PSA 44:22 Men pou lakoz a Ou menm, nou vin touye tout lajounen. Nou konsidere tankou mouton k ap rive labatwa.
PSA 44:23 Leve Ou menm! Poukisa Ou ap dòmi, O SENYÈ? Leve nan dòmi! Pa rejte nou nèt.
PSA 44:24 Poukisa Ou kache figi Ou e bliye ke n ap soufri e oprime?
PSA 44:25 Paske nanm nou te neye jis rive nan pousyè. Kò nou kole jis rive atè.
PSA 44:26 Leve monte! Bannou sekou! Rachte nou pou koz lanmou dous Ou a.
PSA 45:1 Pou direktè koral la; selon “Flè Lis Yo.” Yon Sòm a fis a Koré yo. Yon Chanson Fèt Maryaj Kè m debòde avèk yon bèl sijè. Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a. Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.
PSA 45:2 Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo. Lagras debòde sou lèv ou. Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan.
PSA 45:3 Mete nepe Ou sou kwis ou, O Sila Ki Pwisan an, nan bèlte Ou avèk majeste Ou!
PSA 45:4 Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa. Pou koz verite avèk imilite, avèk ladwati, kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo.
PSA 45:5 Flèch Ou yo filè. Tout nasyon yo tonbe anba Ou, epi flèch Ou yo lantre nan kè lènmi a Wa a.
PSA 45:6 Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan; Baton ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.
PSA 45:7 Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste. Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a, te onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.
PSA 45:8 Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl. Soti nan palè livwa yo,lenstriman a kòd yo vin fè Ou kontan.
PSA 45:9 Fi a wa yo vin pami fanm pi onore yo. Sou men dwat Ou, kanpe rèn nan, abiye an lò ki sòti Ophir a.
PSA 45:10 Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou. Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.
PSA 45:11 Konsa, wa a va dezire bèlte ou. Akoz li se senyè ou, vin bese ba devan L.
PSA 45:12 Fi Tyr la va vini avèk yon kado. Moun gwo richès pami pèp yo k ap chache favè ou.
PSA 45:13 Lamarye a wa a bèl nèt anndan. Vètman li trese antre sòti avèk lò.
PSA 45:14 Li va mennen kote Wa a nan yon zèv bwodri. Vyèj yo, konpanyen li yo, k ap swiv li va mennen bò kote Ou.
PSA 45:15 Yo va mennen fè parèt avèk kè kontan ak anpil rejwisans. Yo va antre nan palè a wa a.
PSA 45:16 Nan plas a papa zansèt ou yo, va gen fis ou yo. Ou va fè yo prens sou tout latè.
PSA 45:17 Mwen va fè non Ou sonje nan tout jenerasyon yo. Akoz sa, tout pèp yo va bay Ou remèsiman pou tout tan e pou tout tan.
PSA 46:1 Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson Bondye se pwotèj nou ak fòs nou, yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
PSA 46:2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè ta chanje e malgre mòn yo ta chape antre nan fon lanmè.
PSA 46:3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen, malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan
PSA 46:4 Genyen yon rivyè ak flèv li yo ki fè kè vil Bondye a kontan; lye sen a kote Pi Wo a demere a.
PSA 46:5 Bondye nan mitan li. Li p ap deplase menm. Bondye va ede li vin parèt nan maten.
PSA 46:6 Nasyon yo te fè gwo boulvèsman. Wayòm yo te souke. Li te leve vwa l e latè te fonn.
PSA 46:7 SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou.
PSA 46:8 Vini, gade byen zèv a SENYÈ yo ki gwo dega Li fè nan tout latè.
PSA 46:9 Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè. Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout. Li brile cha yo avèk dife.
PSA 46:10 “Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye. Mwen va leve wo pami nasyon yo. Mwen va leve wo sou tè a.”
PSA 46:11 SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan
PSA 47:1 Pou direktè koral la; Yo Sòm pa fis Koré yo. O bat men nou ansanm, tout pèp yo. Rele fò a Bondye avèk yon vwa plen viktwa.
PSA 47:2 Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent. Li se Gran Wa a sou tout latè a.
PSA 47:3 Li fè soumèt pèp yo anba nou, ak nasyon yo anba pye nou.
PSA 47:4 Pou nou menm, Li chwazi eritaj nou, glwa a la Jacob, ke Li renmen an. Tan
PSA 47:5 Bondye te monte avèk yon gwo rèl, SENYÈ a avèk son twonpèt la.
PSA 47:6 Chante lwanj Bondye a, chante lwanj yo! Chante lwanj Wa nou an, chante lwanj yo!
PSA 47:7 Paske Bondye se Wa a tout tè a. Chante lwanj yo avèk yon chan byen bèl.
PSA 47:8 Bondye regne sou nasyon yo. Bondye chita sou twòn wayal Li a.
PSA 47:9 Prens a pèp yo rasanble yo ansanm, pèp a Bondye Abraham nan. Paske tout boukliye sou latè yo se pou Bondye. Li leve byen wo.
PSA 48:1 Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo. Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a, nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.
PSA 48:2 Bèl nan wotè li, jwa tout latè a, se Mòn Sion nan pati nò a, Vil gran Wa a.
PSA 48:3 Bondye te parèt nan sitadèl li yo. La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon refij.
PSA 48:4 Men gade, wa yo te rasanble yo. Yo pase akote vil la ansanm.
PSA 48:5 Yo te wè li, e yo te etone. Yo te sezi nèt, yo te kouri nan laperèz.
PSA 48:6 La, yo pèdi ekilib yo nèt. Doulè ak sezisman te pran yo tankou fanm k ap akouche.
PSA 48:7 Avèk van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo.
PSA 48:8 Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè, nan vil SENYÈ dèzame yo, nan vil Bondye pa nou an. Bondye va etabli li nèt, jis pou tout tan.
PSA 48:9 Nou te reflechi sou lanmou dous Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.
PSA 48:10 Jan non Ou ye a, O Bondye, Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a; Men dwat Ou plen ladwati.
PSA 48:11 Kite Mòn Sion fè kè kontan! Kite fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.
PSA 48:12 Mache toupatou nan Sion e antoure li. Konte fò wo li yo.
PSA 48:13 Konsidere ranpa li yo. Antre nan palè li yo, pou ou kab pale jenerasyon k ap vini an.
PSA 48:14 Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan. Li va gide nou jiska lanmò.
PSA 49:1 Pou direktè koral la; Yon Sòm fis a Koré yo Tande sa, tout pèp yo! Prete zòrèy nou, tout sila ki rete nan mond lan!
PSA 49:2 Ni ba, ni wo, rich ak malere ansanm.
PSA 49:3 Bouch mwen va pale sajès, epi meditasyon a kè m va vin konprann.
PSA 49:4 Mwen va apiye zòrèy mwen vè yon pwovèb. Mwen va eksprime yon devinèt sou ap la.
PSA 49:5 Poukisa mwen ta gen krent nan move jou yo, Lè inikite a lènmi m yo antoure m?
PSA 49:6 Malgre sila ki mete konfyans nan richès yo, ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—
PSA 49:7 nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen sove frè li, ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.
PSA 49:8 Paske redanmsyon nanm li koute chè. Kèlkeswa sa li peye pa janm ase,
PSA 49:9 pou l ta viv toujou jis pou letènite, pou li pa ta janm tonbe nan pouriti menm.
PSA 49:10 Paske li wè ke menm moun saj yo mouri. Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan. Yo kite byen yo pou lòt yo.
PSA 49:11 Yo reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan, epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo. Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.
PSA 49:12 Men yon nonm, malgre gran ògèy li, p ap dire. Li tankou bèt yo ki peri.
PSA 49:13 Konsa, sa se chemen a sila ki manke sajès yo, ak sila ki swiv yo, e ki vin dakò avèk pawòl yo.
PSA 49:14 Tankou mouton, yo fin apwente pou rive nan sejou lanmò. Lanmò va bèje yo. Moun dwat yo va domine sou yo nan maten. Men fòm yo va fini nèt pa sejou lanmò a, lwen gran kay yo.
PSA 49:15 Men Bondye va rachte nanm mwen soti nan pouvwa a sejou lanmò a, paske Bondye va resevwa m.
PSA 49:16 Ou pa bezwen pè lè yon nonm vin rich, lè glwa lakay li vin ogmante.
PSA 49:17 Paske lè l mouri li p ap pote anyen ale. Glwa li a p ap swiv li desann.
PSA 49:18 Sepandan, pandan l ap viv, li bat bravo pou pwòp tèt li— Malgre moun ta bay ou glwa lè ou fè byen pou pwòp tèt ou—
PSA 49:19 li va ale nan jenerasyon a zansèt li yo. Yo p ap janm wè limyè a.
PSA 49:20 Lòm, nan pwòp glwa avèk ògèy li, poutan, san konprann, Se tankou bèt ki peri.
PSA 50:1 Yon Sòm Asaph Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale. Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la jis rive nan kote li kouche a.
PSA 50:2 Soti nan Sion, bèlte pafè a, Bondye fè limyè Li parèt.
PSA 50:3 Bondye nou vin parèt. Li pa rete an silans. Dife devore devan L, e tanpèt yo antoure L.
PSA 50:4 Li rele tout syèl yo anwo, avèk latè pou jije pèp Li a:
PSA 50:5 “Rasanble fidèl Mwen yo kote M, Sila ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.
PSA 50:6 Epi syèl yo deklare ladwati Li, paske Bondye, Li menm, se Jij. Tan
PSA 50:7 “Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale. O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou. Mwen se Bondye, Bondye pa ou a.
PSA 50:8 Mwen pa repwoche ou pou sakrifis ou yo. Ofrann brile nou yo devan m tout tan.
PSA 50:9 Mwen pa bezwen okenn jenn towo sòti lakay ou, Ni mal kabrit ki sòti nan pak ou yo.
PSA 50:10 Paske tout bèt nan forè yo se pou mwen, ak tout bèt domestik sou mil kolin yo.
PSA 50:11 Mwen konnen tout zwazo nan mòn yo. Tout sa ki fè mouvman nan chan yo se pou Mwen.
PSA 50:12 Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa, paske tout mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.
PSA 50:13 Èske m ta manje chè towo yo, oswa bwè san a mal kabrit yo?
PSA 50:14 Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman e peye ve ou yo a Pi Wo a.
PSA 50:15 Rele Mwen nan jou twoub la. Mwen va delivre ou e ou va onore M.”
PSA 50:16 Men a mechan yo Bondye di: “Ki dwa ou genyen pou pale sou règleman Mwen yo, pou pran akò Mwen an nan bouch ou?
PSA 50:17 Paske ou rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.
PSA 50:18 Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l, epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.
PSA 50:19 Ou lage bouch ou nèt nan mechanste. Lang ou fè ankadreman pou manti.
PSA 50:20 Ou chita pale kont frè ou. Ou fè kout lang fò kont pwòp pitit manman ou.
PSA 50:21 Bagay sa yo, ou te fè yo, e Mwen pa t di yon mo. Ou te konprann ke M te menm jan ak ou. Mwen va repwoche ou e pale ka a an lòd devan zye ou.
PSA 50:22 Alò, konsidere sa, nou menm ki bliye Bondye, oswa, Mwen va chire nou an mòso, e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.
PSA 50:23 Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M, epi a sila ki fè chemen li dwat la, Mwen va montre li sali Bondye a.”
PSA 51:1 Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba. Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a. Selon grandè a mizerikòd ou, efase transgresyon mwen yo.
PSA 51:2 Lave m nèt de inikite mwen yo e netwaye m de peche mwen an.
PSA 51:3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo. Peche mwen yo devan m tout tan.
PSA 51:4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche, e te fè mal devan zye Ou. Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.
PSA 51:5 Gade byen, mwen te fèt nan inikite, e se nan peche manman m te vin ansent mwen.
PSA 51:6 Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt. Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.
PSA 51:7 Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.
PSA 51:8 Fè m tande lajwa avèk kè kontan, pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.
PSA 51:9 Kache figi Ou de peche m yo. Efase tout inikite mwen yo.
PSA 51:10 Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ, epi refè yon lespri ki dwat anndan m.
PSA 51:11 Pa jete mwen lwen prezans Ou e pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.
PSA 51:12 Restore nan mwen lajwa sali Ou a. Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.
PSA 51:13 Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo, e pechè yo va konvèti a Ou menm.
PSA 51:14 Delivre mwen de koupabilite san vèse a, O Bondye, Bondye a sali mwen an. Konsa, lang mwen va chante avèk jwa selon ladwati a Ou menm nan.
PSA 51:15 O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen pou m kab deklare lwanj Ou.
PSA 51:16 Paske Ou pa pran plezi nan sakrifis. Otreman, mwen ta bay li. Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.
PSA 51:17 Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze. Yon kè brize e ki repantan, O Bondye, Ou p ap meprize l.
PSA 51:18 Avèk bonte Ou, fè byen pou Sion. Bati miray a Jérusalem yo.
PSA 51:19 Konsa, Ou va rejwi nan sakrifis ladwati yo, nan ofrann brile avèk ofrann brile nèt yo. Konsa, jenn towo yo va ofri sou lotèl Ou a.
PSA 52:1 Pou direktè koral la. Yon Sòm David, lè Doeg, Edomit lan te vin di Saül “David gen tan rive lakay Achimélic.” Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan? Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.
PSA 52:2 Lang ou envante destriksyon, tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.
PSA 52:3 Ou renmen mechanste plis pase sa ki bon. Fo bagay plis pase pale verite a.
PSA 52:4 Ou renmen tout pawòl ki devore, yon lang mantè.
PSA 52:5 Men Bondye va kase fè ou desann nèt; Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou sòti nan tant ou an, Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan
PSA 52:6 Moun dwat yo va wè, va gen lakrent; yo va ri sou li epi di:
PSA 52:7 “Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”
PSA 52:8 Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye. Mwen mete konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a pou tout tan e pou tout tan.
PSA 52:9 Mwen va bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa. Mwen va mete espwa nan non Ou, paske sa bon nan prezans a fidèl Ou yo.
PSA 53:1 Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath Yon refleksyon pa David Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”. Yo konwonpi! Yo fè zak enjis ki abominab. Nanpwen ki fè sa ki bon.
PSA 53:2 Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo, pou wè si genyen youn ki gen bon konprann, k ap chache Bondye.
PSA 53:3 Yo tout te vire akote. Ansanm yo vin konwonpi. Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.
PSA 53:4 Èske malfektè a mechanste sila yo pa gen okenn konesans, k ap manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje, epi ki pa rele Bondye?
PSA 53:5 La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz, paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo. Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo.
PSA 53:6 O ke delivrans Israël ta parèt sòti Sion! Lè Bondye restore pèp kaptif Li a, kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.
PSA 54:1 Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo. Yon sòm a David, lè Zifyen yo te vin di Saül: “Èske David pa kache pami nou?” Sove mwen, O Bondye, ak non Ou e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou.
PSA 54:2 Koute lapriyè mwen, O Bondye. Prete zòrèy a pawòl a bouch mwen.
PSA 54:3 Paske etranje yo fin leve kont mwen. Moun vyolans yo te chache lavi mwen. Yo pa t mete Bondye devan yo.
PSA 54:4 Gade byen, Bondye se èd mwen. SENYÈ a se soutyen a nanm mwen.
PSA 54:5 Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo. Detwi yo nan fidelite Ou.
PSA 54:6 Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou. Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.
PSA 54:7 Paske Li te delivre mwen nan tout twoub. Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.
PSA 55:1 Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo Yon Refleksyon David Prete zòrèy a lapriyè mwen, O Bondye. Pa kache Ou menm a siplikasyon mwen yo.
PSA 55:2 Prete atansyon a mwen e reponn mwen. Mwen pa alèz nan plent mwen yo. Anverite, mwen deranje nèt
PSA 55:3 akoz vwa lènmi an, akoz presyon mechan an. Paske yo pote twoub desann sou mwen. Nan kòlè yo, yo pote rankin kont mwen.
PSA 55:4 Kè m twouble anndan m. Sezisman lanmò fin tonbe sou mwen.
PSA 55:5 Laperèz avèk tranbleman fin rive sou mwen. Mwen etone jiskaske m debòde.
PSA 55:6 Mwen te di: “O ke m te gen zèl kon toutrèl la! Konsa, mwen ta sove ale pou twouve repo. Mwen ta demere nan dezè a.”
PSA 55:7 Tande byen, mwen ta rive byen lwen. Mwen ta ale rete nan savann nan. Tan
PSA 55:8 Mwen ta fè vit rive kote pou m kache kont van tanpèt la, kont move tan an.
PSA 55:9 Mete yo nan konfizyon, O SENYÈ, divize lang yo, paske mwen te wè vyolans avèk goumen nan vil la.
PSA 55:10 Lajounen kon lannwit, yo antoure vil la sou miray li yo. Inikite avèk mechanste nan mitan li.
PSA 55:11 Destriksyon ladann. Opresyon avèk desepsyon pa janm kite lari li yo.
PSA 55:12 Paske se pa lènmi an ki fè m repwòch. Konsa, mwen ta kab sipòte l. Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen. Konsa, mwen ta kab kache de li.
PSA 55:13 Men se ou menm, yon nonm parèy mwen, konpanyen mwen ak zanmi mwen.
PSA 55:14 Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm, ki te mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.
PSA 55:15 Pou sa a Kite lanmò rive sibitman sou yo. Kite yo desann tou vivan kote mò yo ye. Paske mechanste a nan abitasyon yo, pami yo, kote yo rete a.
PSA 55:16 Pou mwen, mwen va rele Bondye. SENYÈ a va sove mwen.
PSA 55:17 Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen. Li va tande vwa m.
PSA 55:18 Li te rachte nanm mwen anpè, soti nan batay ki kont mwen an, malgre yo anpil, k ap lite avè m yo.
PSA 55:19 Bondye ki sou fotèy L jis pou tout tan, va tande e reponn yo. Tan Nan sila pa gen chanjman an. Yo pa gen krent Bondye a.
PSA 55:20 Li te lonje men li kont moun ki te nan lapè avèk li a. Li te vyole akò li a.
PSA 55:21 Pawòl li te pi dous pase bè, men ak kè, li te fè lagè. Pawòl li yo te pi dous pase lwil, men se nepe rale yo te ye.
PSA 55:22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen. Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
PSA 55:23 Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an. Moun ki vèse san e ki bay manti p ap rive fè mwatye nan jou yo. Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.
PSA 56:1 Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath. Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An” Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye; Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.
PSA 56:2 Lènmi m yo vle vale m tout lajounen. Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.
PSA 56:3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.
PSA 56:4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li! Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
PSA 56:5 Tout lajounen, yo tòde pawòl mwen yo. Tout panse yo kont mwen se pou mal.
PSA 56:6 Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo. Y ap tann pou rache lavi m.
PSA 56:7 Akoz mechanste sa a, jete yo deyò. Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye!
PSA 56:8 Ou te byen konte tout egare mwen fè. Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou. Èske yo tout pa ekri nan liv Ou a?
PSA 56:9 Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a. Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.
PSA 56:10 Nan Bondye, ma louwe pawòl li. Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li.
PSA 56:11 Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
PSA 56:12 Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye. Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm.
PSA 56:13 Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò. Ou te anpeche pye mwen glise tonbe, pou m ta kab mache devan Bondye nan limyè a moun vivan yo.
PSA 57:1 Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras, paske nanm mwen kache nan Ou. Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache, jiskaske destriksyon an fin pase.
PSA 57:2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a, a Bondye ki acheve tout sa m mande an.
PSA 57:3 Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen. Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.
PSA 57:4 Nanm mwen rete pami lyon yo. Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo. Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file, epi lang yo kon yon epe file.
PSA 57:5 Leve anwo syèl yo, O Bondye; Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!
PSA 57:6 Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo; Nanm mwen koube ba. Yo te fouye yon fòs devan m. Yo te tonbe nan mitan li. Tan
PSA 57:7 Kè m kanpe fèm, O Bondye, kè m fèm. Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!
PSA 57:8 Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita! Mwen va fè maten vin leve.
PSA 57:9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo. Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.
PSA 57:10 Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo, epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.
PSA 57:11 Leve anwo syèl yo, O Bondye. Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.
PSA 58:1 Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon Sòm David Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo? Èske nou jije san fot, O fis a lòm yo?
PSA 58:2 Non, nan kè, nou fòmante inikite. Sou latè, nou peze balans pou separe bay vyolans ak men nou.
PSA 58:3 Mechan yo pèvès depi nan vant. Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.
PSA 58:4 Yo gen pwazon tankou pwazon sèpan. Kon vipè soud ki bouche zòrèy li,
PSA 58:5 pou li pa tande vwa a sila k ap chame li yo, malgre se yon majisyen abil k ap fè wanga.
PSA 58:6 O Bondye, kraze dan nan bouch yo! Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.
PSA 58:7 Kite yo koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè. Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.
PSA 58:8 Kite yo tankou kalmason ki fonn, ki vin disparèt pandan l ap mache, tankou avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la.
PSA 58:9 Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo, Li va bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon; vèt ak sila kap brile yo, ansanm.
PSA 58:10 Moun ladwati a va rejwi lè l wè vanjans lan. Li va lave pye li nan san a mechan yo,
PSA 58:11 pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo. Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”
PSA 59:1 Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l. Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen; Plase mwen byen wo an sekirite byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.
PSA 59:2 Delivre m de sila ki fè inikite yo, e sove mwen de moun ki vèse san yo.
PSA 59:3 Paske gade byen, yo fè anbiskad pou lavi m. Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo, pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.
PSA 59:4 Se pa akoz mwen koupab ke yo vin kouri mete yo kont mwen an. Leve Ou menm pou wè, e fè m sekou!
PSA 59:5 Ou menm, O SENYÈ Bondye dèzame yo, Bondye Israël la, leve e pini tout nasyon yo. Pa bay gras a moun mechan yo ki fè trèt nan inikite. Tan
PSA 59:6 Yo retounen nan aswè. Yo rele tankou chen pandan yo antoure lavil la.
PSA 59:7 Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo. Nepe yo nan lèv yo, paske yo di: “Kilès ki tande”?
PSA 59:8 Men Ou menm, O SENYÈ, ri sou yo! Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.
PSA 59:9 O Fòs mwen, m ap veye tann Ou. Bondye se sitadèl mwen.
PSA 59:10 Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m. Bondye va kite mwen triyonfè sou advèsè mwen yo.
PSA 59:11 Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye. Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann, O SENYÈ, boukliye nou an.
PSA 59:12 Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo, Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo. Paske se malediksyon avèk manti yo bay.
PSA 59:13 Detwi yo nan kòlè Ou! Detwi yo pou yo disparèt nèt. Pou Moun kab konnen se Bondye k ap renye sou Jacob, jis rive sou tout latè. Tan
PSA 59:14 Kite yo retounen nan aswè. Kite yo rele anlè tankou chen, pandan yo antoure vil la.
PSA 59:15 Yo gaye toupatou. Yap tann tout lanwit si yo pa satisfè.
PSA 59:16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou. Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten. Paske Ou te toujou sitadèl mwen, yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.
PSA 59:17 A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm. Paske Bondye se sitadèl mwen, Bondye ki montre mwen lanmou dous la.
PSA 60:1 Pou direktè koral la; selon melodi “Lis Akò La”. Yon powèm David, pou enstwi; lè l te lite avèk Aram-Naharaim e avèk Aram-Zobah; epi, Joab te retounen e te frape douz-mil Edomit nan Vale Sèl la. O Bondye, Ou te rejte nou. Ou te kraze nou. Ou te fache. O restore nou ankò.
PSA 60:2 Ou te fè latè tranble. Ou te fann li pou l ouvri. Geri brèch li yo, paske l ap sekwe.
PSA 60:3 Ou te fè pèp Ou a wè anpil bagay di. Ou te bay nou diven pou bwè ki fè nou toudi.
PSA 60:4 Ou te bay yon drapo pou sila ki gen lakrent Ou yo, pou fè l byen parèt akoz verite a. Tan
PSA 60:5 Pou byeneme Ou yo kab delivre, Sove avèk men dwat Ou e reponn nou!
PSA 60:6 Bondye te pale nan sentete Li: “Mwen va triyonfe! Mwen va divize Sichem e tire yon lin nan vale Succoth la.
PSA 60:7 Galaad se pou Mwen e Manassé se pa M. Anplis, Éphraïm se kas sou tèt Mwen. Juda se baton wayal Mwen an.
PSA 60:8 Moab se basen lave Mwen. Sou Edom, Mwen va jete soulye Mwen. Mwen rele viktwa sou peyi Filisten yo.”
PSA 60:9 Kilès k ap fè m rive nan vil fòterès la? Kilès k ap mennen mwen antre Edom?
PSA 60:10 Èske Ou menm, SENYÈ a, pa t rejte nou? Epi èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
PSA 60:11 O bannou sekou kont advèsè a, paske delivrans pa lòm se an ven.
PSA 60:12 Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj. Se Li menm ki va foule lènmi nou yo anba pye.
PSA 61:1 Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David Koute kri mwen, O Bondye. Prete atansyon a lapriyè mwen.
PSA 61:2 Soti nan dènye pwent latè, mwen rele Ou lè kè m fèb; Mennen mwen sou wòch ki pi wo pase m nan.
PSA 61:3 Paske Ou te yon refij pou mwen, yon fò ki wo, yon gran fòs kont lènmi yo.
PSA 61:4 Kite mwen rete nan tant Ou an jis pou tout tan. Kite mwen pran refij anba zèl Ou. Tan
PSA 61:5 Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye. Ou te ban mwen eritaj a sila ki gen krent non Ou yo.
PSA 61:6 Ou va fè lavi a wa a byen long. Ane li yo va tankou anpil jenerasyon.
PSA 61:7 Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan. Senyè, bay li lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.
PSA 61:8 Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan. Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.
PSA 62:1 Pou direktè koral la; selon Jeduthun; Yon Sòm David Nanm mwen ap poze sèl nan Bondye. Sali m se nan Li.
PSA 62:2 Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen. Menm gwo sò p ap boulvèse m.
PSA 62:3 Pou jiskilè, nou va atake yon nonm? Alò, èske nou ta touye li, nou tout, tankou yon miray k ap panche? Tankou yon kloti k ap kraze?
PSA 62:4 Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li. Yo pran plezi nan tout sa ki fo. Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.
PSA 62:5 Nanm mwen tann an silans sèlman Bondye. Paske espwa mwen se nan Li.
PSA 62:6 Li se sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen. Mwen p ap ebranle menm.
PSA 62:7 Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye. Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.
PSA 62:8 Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la. Vide kè nou devan Li. Bondye se yon refij pou nou.
PSA 62:9 Moun nan pozisyon ba yo se sèl yon souf nan van. Moun ki plase wo yo se manti. Nan pèz balans yo, se monte, yap monte. Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.
PSA 62:10 Pa mete konfyans nan peze kou moun desann. Ni pa mete fo espwa nan vòlè. Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo.
PSA 62:11 Yon fwa, Bondye te pale. De fwa, mwen gen tan tande sa: Ke pouvwa, se pou Bondye.
PSA 62:12 Epi anplis, lanmou dous se pou Ou, O Senyè. Paske Ou bay rekonpans a lòm selon zèv li yo.
PSA 63:1 Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a. O Bondye, Ou se Bondye mwen. Mwen va chache Ou ak tout kè m. Nanm mwen swaf pou Ou. Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
PSA 63:2 Konsa, mwen te wè Ou nan sanktyè a, ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.
PSA 63:3 Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi, lèv mwen va louwe Ou.
PSA 63:4 Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv. Mwen va leve men m nan non Ou.
PSA 63:5 Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès, e bouch mwen ap ofri lwanj avèk lèv ranpli de jwa.
PSA 63:6 Lè m sonje Ou sou kabann mwen, mwen medite sou Ou nan vèy de nwi an.
PSA 63:7 Paske Ou te konn sekou mwen. Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.
PSA 63:8 Nanm mwen kole ak Ou. Men dwat Ou fè m kenbe.
PSA 63:9 Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo, va desann jis nan fon latè.
PSA 63:10 Yo va livre a pouvwa nepe. Yo va tounen manje pou rena mawon.
PSA 63:11 Men Wa a va rejwi nan Bondye. Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa. Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.
PSA 64:1 Pou direktè koral la. Yon Sòm David. Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an. Konsève lavi m kont laperèz lènmi an.
PSA 64:2 Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo, kont boulvèsman a sila ki fè mechanste yo.
PSA 64:3 Ki te file lang yo tankou nepe. Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,
PSA 64:4 pou tire an kachèt sou sila ki inosan yo. Sibitman yo tire sou li, san lakrent.
PSA 64:5 Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo. Yo pale sou pyèj ke y ap fòme an sekrè yo. Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?”
PSA 64:6 Yo fè manèv pou enjistis e di: “Nou prè pou yon konplo byen fòme”. Paske panse lenteryè a moun se byen fon.
PSA 64:7 Men Bondye va tire sou yo avèk yon flèch. Sibitman, yo va blese.
PSA 64:8 Konsa, yo va chape tonbe. Pwòp lang pa yo va kont yo. Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.
PSA 64:9 Nan moman sa a, tout moun va krent. Konsa, yo va deklare zèv Bondye yo. Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a.
PSA 64:10 Nonm ladwati a va kontan nan SENYÈ a! Yo va pran refij nan Li, epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.
PSA 65:1 Pou direktè koral la; yon Sòm David. Yon chan. Se lwanj k ap tann Ou, O Bondye nan Sion. Ve yo va fèt anvè Ou.
PSA 65:2 O Ou menm ki tande priyè yo, a Ou menm tout moun vini.
PSA 65:3 Inikite m t ap kanpe kont mwen; men pou transgresyon nou yo, Ou kouvri yo.
PSA 65:4 A la beni se sila ke Ou chwazi a e mennen toupre, pou l ka rete nan lakou Ou. Nou va satisfè ak tout bagay ki bon lakay Ou, sen tanp Ou a.
PSA 65:5 Avèk zèv mèvèy e dwat, Ou reponn nou, O Bondye sali nou an. Se Ou menm ki espwa tout pwen latè a, jis rive nan lanmè pi lwen an.
PSA 65:6 Ki etabli mòn yo pa pwisans Ou, Akoz Ou pran zam pwisans Ou.
PSA 65:7 Ou kalme raj vag lanmè yo, Avèk gwo boulvèsman lanm yo.
PSA 65:8 Sila ki rete jis nan dènye pwent latè yo kanpe byen etone a mèvèy Ou yo. Ou fè maten avèk aswè kriye ak jwa.
PSA 65:9 Ou vizite tè a e fè li gen abondans. Ou anrichi li anpil. Flèv Bondye a plen ak dlo. Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou òganize l.
PSA 65:10 Ou wouze tranch li yo an abondans. Ou fè do li vin poze. Ou fè l vin mou ak lapli an abondans; Ou beni kwasans plant li.
PSA 65:11 Ou te kouwone ane a avèk bonte Ou. Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.
PSA 65:12 Patiraj nan dezè yo gen abondans, Epi kolin yo mare senti yo ak jwa.
PSA 65:13 Chan yo abiye menm ak bann mouton. Vale yo fin ranpli ak sereyal. Yo rele fò ak lajwa! Konsa, yo chante.
PSA 66:1 Pou direktè koral la; yon chan, yon Sòm Rele fò ak lajwa a Bondye, tout latè a!
PSA 66:2 Chante glwa a non Li! Ranpli lwanj Li ak laglwa!
PSA 66:3 Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”! Akoz grandè a pwisans Ou, menm, lènmi Ou yo va soumèt a Ou.
PSA 66:4 Tout latè va fè adorasyon a Ou menm. Li va chante lwanj Ou. Tout va chante lwanj a non Ou; Tan
PSA 66:5 Vini pou wè zèv Bondye yo. Zèv etonan anvè fis a lòm yo.
PSA 66:6 Li te chanje lanmè a an tè sèch. Yo te pase travèse rivyè apye. La menm, nou te rejwi nan Li!
PSA 66:7 Li renye ak pwisans pou tout tan. Zye Li veye sou nasyon yo. Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.
PSA 66:8 Beni Bondye nou an, O pèp yo! Fè lwanj Li sone,
PSA 66:9 ki kenbe nou pami vivan yo, e ki pa kite pye nou glise.
PSA 66:10 Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye. Ou te rafine nou tankou ajan konn rafine.
PSA 66:11 Ou te rale nou antre nan filè a. Ou te mete yon fado lou sou ren nou.
PSA 66:12 Ou te fè moun monte sou tèt nou. Nou te pase nan dife ak nan dlo, men Ou te fè nou sòti antre yon kote avèk anpil abondans.
PSA 66:13 Mwen va vini lakay Ou avèk Ofrann brile. Mwen va peye Ou ve mwen yo,
PSA 66:14 ki te sòti nan lèv mwen, ke bouch mwen te pale lè m te nan gwo twoub yo.
PSA 66:15 Mwen va ofri a Ou menm yon ofrann brile nan grès a bèt gra yo, avèk lafimen a belye yo. Mwen va fè ofrann a towo yo avèk mal kabrit yo.
PSA 66:16 Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye e mwen va pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.
PSA 66:17 Mwen te kriye a Li menm avèk bouch mwen. Ak lang mwen, mwen te leve Li wo.
PSA 66:18 Si mwen gade inikite nan kè m, Senyè a p ap koute mwen.
PSA 66:19 Men anverite, Bondye te tande. Li te teni kont de vwa a priyè mwen.
PSA 66:20 Beni se Bondye, ki pa t refize koute lapriyè mwen, ni ki pa t kache lanmou dous Li a sou mwen.
PSA 67:1 Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan Ke Bondye ka fè nou gras, beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——
PSA 67:2 Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a, ak sali Ou pami tout nasyon yo.
PSA 67:3 Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou.
PSA 67:4 Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa, paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a. Tan
PSA 67:5 Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou.
PSA 67:6 Latè te bay pwodwi li. Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.
PSA 67:7 Bondye ap toujou beni nou. Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.
PSA 68:1 Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan Kite Bondye leve! Kite lènmi Li yo vin gaye! Kite sila ki rayi Li yo sove ale devan L.
PSA 68:2 Kon lafimen konn chase, konsa, chase yo. Kon lasi konn fonn devan dife, konsa, kite mechan yo peri devan Bondye.
PSA 68:3 Men kite moun ladwati yo fè kè kontan. Kite yo leve wo devan Bondye. Wi, kite yo rejwi avèk kè kontan.
PSA 68:4 Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li! Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo: non l se SENYÈ a! Rejwi devan Li an!
PSA 68:5 Yon papa pou òfelen yo e yon jij pou vèv yo, se Bondye nan lye sen Li an.
PSA 68:6 Bondye fè yon fanmi pou sila ki pa genyen an. Li fè prizonye yo vin sòti deyò ak chan yo, men rebèl yo viv nan yon peyi deseche.
PSA 68:7 O Bondye, lè Ou te sòti devan pèp Ou a, lè Ou te mache travèse dezè a,
PSA 68:8 tè a te souke. Syèl yo tou te lage lapli devan prezans Bondye, prezans Bondye Sinaï a. Mond lan li menm tè a souke devan prezans Bondye a, Bondye Israël la.
PSA 68:9 Ou, Bondye te voye nan tout kote yon gwo lapli. Ou te konfime eritaj Ou lè li te fatige nèt.
PSA 68:10 Moun pa Ou yo te vin rete ladann. Ou te founi tout bonte Ou pou malere yo, O Bondye.
PSA 68:11 Senyè a te anonse pawòl la. Mesaje ki pwoklame bòn nouvèl yo se yon gwo lame.
PSA 68:12 “Wa lame yo sove ale! Yo kouri! Fanm nan rete nan kay la divize piyaj la!
PSA 68:13 Lè ou kouche nan pak mouton yo, se tankou zèl toutrèl ki kouvri ak ajan e plim li ak lò briyan.
PSA 68:14 Lè Toupwisan an te gaye wa yo la a, Nèj t ap tonbe sou Tsalmon.
PSA 68:15 Yon mòn Bondye se Mòn Basan. Yon mòn apik e difisil se Mòn Basan.
PSA 68:16 Poukisa nou gade ak anvi, O tout lòt mòn yo? Sou mòn ke Bondye te apwente kon abitasyon Li an? Anverite, SENYÈ a va abite la pou tout tan.
PSA 68:17 Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye. Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.
PSA 68:18 Ou te monte an wo. Ou te mennen kaptif yo sòti. Anplis, Ou te resevwa kado pami lòm, menm pami rebèl yo tou, pou SENYÈ a, Bondye a, kapab abite la.
PSA 68:19 Beni se Senyè a, ki pote fado nou chak jou, Bondye ki se delivrans nou an. Tan
PSA 68:20 Bondye pou nou se yon Bondye delivrans. Epi BONDYE, Senyè a sèl, ki fè nou chape devan lanmò.
PSA 68:21 Anverite, Bondye va kraze tèt lènmi Li yo, tèt la menm ak cheve a sila ki pèsiste nan mechanste li yo.
PSA 68:22 Senyè a te di: “Mwen va mennen fè yo sòti Basan. Mwen va mennen yo retounen jis rive nan fon lanmè a,
PSA 68:23 pou pye ou kapab kraze yo bay san, jis lang chen ou yo kapab jwenn pòsyon pa yo sou lènmi an.”
PSA 68:24 Yo te wè pwosesyon solanèl Ou a, O Bondye, pwosesyon a Bondye mwen an, Wa mwen, pou antre nan sanktyè a.
PSA 68:25 Chantè yo te ale, e mizisyen yo te swiv, nan mitan a jenn fi ki t ap bat tanbouren yo.
PSA 68:26 Beni Bondye nan asanble yo, SENYÈ a menm, fontèn dlo Israël la.
PSA 68:27 Men gade Benjamin, pi piti an Israël la, k ap renye sou yo, prens a Juda ki konseye yo, prens Zabulon ak prens a Nephthali yo.
PSA 68:28 Bondye ou a te kòmande fòs Ou. Montre Ou dyanm, O Bondye, nan sa Ou te fè pou nou menm.
PSA 68:29 Akoz tanp Jérusalem Ou a, wa yo va mennen kado bay Ou.
PSA 68:30 Repwoche bèt sovaj yo nan mitan wozo a, twoupo towo yo avèk ti bèf a pèp yo. Foule anba pye gwo bout pyès ajan yo. Gaye pèp ki te renmen fè lagè yo.
PSA 68:31 Prens yo va sòti an Égypte. Ethiopie va fè vit pou lonje men l vè Bondye.
PSA 68:32 Chante a Bondye, O wayòm sou latè yo, Chante lwanj a Senyè a, Tan
PSA 68:33 A Sila ki vwayaje monte sou pi wo syèl la, ki la depi nan tan ansyen yo. Gade byen, Li pale ak gwo vwa, yon vwa plen pwisans.
PSA 68:34 Rekonèt fòs Bondye a! Majeste Li sou tout Israël, pwisans Li nan syèl yo.
PSA 68:35 O Bondye, Ou etonan nan sanktyè Ou yo. Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo. Beni se Bondye!
PSA 69:1 Pou direktè koral la. Sou melodi “Lis Yo”. Yon Sòm David. Sove mwen, O Bondye, paske dlo yo fin monte jis nan kou m!
PSA 69:2 Mwen desann fon nan labou. Nanpwen plas pou pye m kenbe. Mwen fin rive nan dlo fon yo, e yon gwo inondasyon ap debòde sou mwen.
PSA 69:3 Mwen fatige nèt ak kriye mwen an. Gòj mwen sèk nèt. Zye m varye pandan mwen ap tann Bondye mwen an.
PSA 69:4 Sila ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen. Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m. Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.
PSA 69:5 O Bondye, Ou konnen foli mwen. Koupabilite mwen pa kache devan Ou.
PSA 69:6 Pa kite sila k ap tann Ou yo vin wont akoz mwen, O Senyè BONDYE dèzame yo. Pa kite yo vin dezonore akoz mwen menm, O Bondye Israël la.
PSA 69:7 Paske pou koz Ou, mwen te pote repwòch. Dezonè fin kouvri figi mwen.
PSA 69:8 Mwen vin izole de frè m yo, tankou yon etranje de fis a manman m yo.
PSA 69:9 Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt. Repwòch a sila ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.
PSA 69:10 Lè mwen te kriye nan nanm mwen, e te fè jèn, sa te vin yon repwòch pou mwen.
PSA 69:11 Lè m te fè twal sak sèvi kon rad mwen, mwen te vin yon vye pawòl, yon rizib pou yo menm.
PSA 69:12 Sila ki chita nan pòtay yo pale afè mwen, e moun sòt yo fè chan sou mwen.
PSA 69:13 Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ, nan yon lè ki bon, nan grandè lanmou dous Ou a. Reponn mwen avèk sali verite Ou a.
PSA 69:14 Delivre mwen sòti nan labou a. Pa kite mwen fonse nèt ladann. Kite m delivre de sa yo ki rayi mwen yo, ak nan fon dlo yo.
PSA 69:15 Pa kite inondasyon dlo yo vin anvayi mwen, ni fon an vale m, ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.
PSA 69:16 Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon; Selon grandè a mizerikòd Ou, vire kote mwen.
PSA 69:17 Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a, paske mwen nan gwo pwoblèm. Reponn mwen vit.
PSA 69:18 Rale nanm mwen pre. Rachte l! Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!
PSA 69:19 Ou konnen repwòch mwen, wont mwen, avèk dezonè mwen an. Tout advèsè mwen yo devan Ou.
PSA 69:20 Repwòch fin kraze kè m. Mwen vin ba nèt. Mwen te chache pitye, men pa t genyen; kondoleyans, men nanpwen.
PSA 69:21 Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak vinèg pou swaf mwen.
PSA 69:22 Ke tab devan yo devni yon pèlen. Lè yo nan tan lapè, kite li tounen yon pyèj.
PSA 69:23 Ke zye yo vin twouble pou yo pa kab wè. Ke do yo koube nèt.
PSA 69:24 Vide kòlè Ou sou yo. Ke fachèz kòlè Ou ki brile ka vini sou yo.
PSA 69:25 Pou kan yo kapab dezole. Pou pa gen moun ki rete ankò nan tant yo.
PSA 69:26 Paske yo te pèsekite sila ke Ou menm te blese a. Yo pale sou doulè a sila ke Ou menm te blese yo.
PSA 69:27 Ogmante inikite sou inikite yo. Ni pa kite yo antre nan ladwati Ou.
PSA 69:28 Ke yo kapab efase soti nan liv lavi a. Pou yo pa vin anrejistre nan achiv ak moun ladwati yo.
PSA 69:29 Men mwen aflije e mwen nan doulè. Ke delivrans Ou, O Bondye kapab plase mwen an sekirite an wo.
PSA 69:30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo, epi leve Li wo avèk remèsiman.
PSA 69:31 Se sa k ap fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf, ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.
PSA 69:32 Enb yo te wè sa e yo kontan. Nou menm ki chache Bondye, kite kè nou reprann fòs.
PSA 69:33 Paske SENYÈ a tande malere yo, e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.
PSA 69:34 Kite syèl la avèk tè a louwe Li, lanmè yo avèk tout sa ki fè mouvman ladann yo.
PSA 69:35 Paske Bondye va delivre Sion e bati vil Juda yo, pou yo kab rete la e posede li.
PSA 69:36 Desandan a sèvitè Li yo va eritye li. Sila ki renmen non Li yo va rete ladann.
PSA 70:1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David. Yon souvni O Bondye, fè vit pou delivre mwen. O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou!
PSA 70:2 Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye. Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè.
PSA 70:3 Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.
PSA 70:4 Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan: “Kite Bondye egzalte”.
PSA 70:5 Men mwen aflije e mwen nan nesesite. Fè vit vin kote mwen, O Bondye! Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen. O SENYÈ, pa mize.
PSA 71:1 Nan Ou, O SENYÈ, mwen te pran refij. Pa janm kite mwen vin wont.
PSA 71:2 Nan ladwati Ou, delivre mwen e fè m sekou. Panche zòrèy Ou bò kote m e sove mwen.
PSA 71:3 Devni pou mwen wòch abitasyon mwen an, kote mwen kab vini tout tan. Ou te pase lòd pou sove mwen, paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen.
PSA 71:4 Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo, Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a,
PSA 71:5 Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye, Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.
PSA 71:6 Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt. Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m. Tout tan se Ou menm ke m louwe.
PSA 71:7 Mwen parèt kon yon mèvèy pou anpil moun, men se Ou ki fò refij mwen.
PSA 71:8 Bouch mwen plen avèk lwanj Ou ak glwa Ou tout lajounen.
PSA 71:9 Pa jete mwen akote nan tan vyeyès mwen. Pa abandone mwen lè fòs mwen vin febli.
PSA 71:10 Paske Lènmi m yo te pale kont mwen. Sila k ap veye pou pran lavi m yo ap pran konsèy ansanm,
PSA 71:11 Y ap di: “Bondye fin abandone li. Annou kouri dèyè l, e sezi li. Paske nanpwen moun ki pou delivre l.”
PSA 71:12 O Bondye, pa rete lwen mwen. O Bondye m, fè vit a sekou mwen!
PSA 71:13 Kite sila ki advèsè a nanm mwen yo vin wont e manje nèt. Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè k ap chache blese mwen.
PSA 71:14 Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan. Mwen va bay Ou lwanj plis toujou.
PSA 71:15 Bouch mwen va pale ladwati Ou, ak sali Ou tout lajounen, menmsi mwen pa kab fin konnen fòs valè tout jou sa yo.
PSA 71:16 Mwen va vini ak zèv pwisan SENYÈ Bondye a. Mwen va pale ladwati Ou, sèl de Ou menm.
PSA 71:17 O Bondye, Ou te enstwi mwen depi jenès mwen. Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.
PSA 71:18 Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m, jiskaske mwen fin deklare fòs Ou a jenerasyon sila a, ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.
PSA 71:19 Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo. Ou menm ki te fè gwo bagay yo. O Bondye, se kilès ki tankou Ou menm?
PSA 71:20 Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm, va fè m viv. Ou va mennen mwen monte soti nan fon tè yo.
PSA 71:21 Ke Ou fè lonè mwen vin plis e vire ban m konsolasyon ankò.
PSA 71:22 Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen. A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita, O Sila Ki Sen an Israël la.
PSA 71:23 Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm pou nanm mwen ke Ou te rachte a.
PSA 71:24 Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen. Paske yo wont, yo imilye, Sila ki te chache fè m mal yo.
PSA 72:1 Yon Sòm a Salomon Bay a wa a sajès lajistis Ou, O Bondye, ak ladwati Ou a fis a wa a.
PSA 72:2 Li va jije pèp Ou a avèk ladwati, e aflije Ou yo, avèk jistis.
PSA 72:3 Mòn yo va pote lapè a pèp la, e kolin yo, fwi ladwati a.
PSA 72:4 Li va jije malere a pèp la. Li va fè sekou pou pitit a malere yo, e kraze opresè a an mòso.
PSA 72:5 Yo va krent Ou pou tout tan ke solèy la klere ak tout tan ke genyen lalin, pandan tout jenerasyon yo.
PSA 72:6 Li va desann tankou lapli sou chan zèb fenk koupe yo, tankou farinaj ki wouze tè a.
PSA 72:7 Nan jou li yo, moun ladwati yo va fleri, avèk lapè an abondans jiskaske lalin nan pa wè ankò.
PSA 72:8 Anplis, l ap renye jiskaske yon lanmè rive nan yon lòt lanmè a, e soti nan Rivyè a jis rive nan dènye pwent tè a.
PSA 72:9 Pèp ki abite nan dezè a va bese devan l, e lènmi li yo va niche pousyè a.
PSA 72:10 Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado. Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.
PSA 72:11 Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout nasyon yo sèvi li.
PSA 72:12 Paske li va delivre malere a lè l kriye sekou; aflije a tou, lè l san soutyen an.
PSA 72:13 Li va gen mizerikòd sou malere a avèk endijan an. Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.
PSA 72:14 Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans, e san yo va chè nan zye Li.
PSA 72:15 Konsa, li va viv, e lò a Séba va bay a li menm. Moun va priye pou li san rete. Yo va beni li tout lajounen.
PSA 72:16 Va genyen anpil sereyal sou tout kolin peyi a, fwi li yo k ap vannen nan van tankou pye sèd a Liban yo. Sa ki nan vil yo va fleri tankou vèdi latè.
PSA 72:17 Non li va dire jis pou tout tan. Non li va la toutotan solèy la ap briye a. Tout lèzòm va beni pa li. Tout nasyon yo va rele li beni.
PSA 72:18 Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la! Li sèl ki fè mèvèy!
PSA 72:19 Beni se non laglwa Li jis pou tout tan! Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li! Amen e amen.
PSA 72:20 Priyè a David yo, fis a Jesse a fini.
PSA 73:1 Yon Sòm Asaph Anverite, Bondye bon a Israël, a sila avèk kè ki san tach yo!
PSA 73:2 Men pou mwen, pye m te prèt pou glise tonbe, Pa m yo te prèt pou chape.
PSA 73:3 Paske mwen te gen anvi awogan yo, lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.
PSA 73:4 Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.
PSA 73:5 Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun, ni yo pa toumante tankou limanite.
PSA 73:6 Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl kolye. Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.
PSA 73:7 Zye yo anfle nan mitan grès yo. Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.
PSA 73:8 Yo giyonnen moun. Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun. Yo pale konsi se anwo sa soti.
PSA 73:9 Nan bouch yo rive nan syèl la, pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.
PSA 73:10 Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo, e yo kontinye bwè gran sous yo nèt.
PSA 73:11 Yo di: “Kòman Bondye konnen? Eske gen konesans kote Pi Wo a?”
PSA 73:12 Gade byen, sila yo se mechan yo ye. Konsi, toujou alèz, yo te agrandi richès yo.
PSA 73:13 Anverite, se an ven mwen te kenbe kè m san tach, ak lave men m nan inosans.
PSA 73:14 Paske mwen te twouble tout lajounen e te resevwa chatiman chak maten.
PSA 73:15 Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,” gade byen, mwen ta trayi jenerasyon pitit Ou yo.
PSA 73:16 Lè m te reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.
PSA 73:17 Men jis lè m te antre nan sanktyè Bondye a, mwen te vin konprann jan yo ta fini.
PSA 73:18 Anverite, Ou te mete yo kote ki glise anpil. Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.
PSA 73:19 Men kijan yo va detwi nan yon enstan! Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
PSA 73:20 Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ, lè Ou leve, Ou va meprize pwòp fòm yo. Ou va rayi rèv de lespri yo.
PSA 73:21 Lè kè m te vin anmè, e kè m te pike anndan m,
PSA 73:22 alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann. Mwen te tankou yon bèt devan Ou.
PSA 73:23 Sepandan, mwen avè W tout tan. Ou te kenbe men dwat mwen.
PSA 73:24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen, e apre, resevwa mwen nan laglwa.
PSA 73:25 Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou? Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
PSA 73:26 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit, men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
PSA 73:27 Paske gade byen, sila ki lwen yo va peri. Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.
PSA 73:28 Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen. Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen, Pou m kab pale tout zèv Ou yo.
PSA 74:1 Yon Sòm Asaph O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan? Poukisa kòlè Ou fè lafimen kont mouton patiraj Ou an?
PSA 74:2 Sonje asanble Ou a, ke Ou te achte depi tan ansyen yo, sa yo ke Ou te rachte pou fè tribi eritaj pa Ou: Mòn Sion sila a, kote Ou te abite.
PSA 74:3 Vire pa Ou yo pou rive kote mazi ki kraze nèt yo, kote lènmi a fin fè tout mechanste li anndan sanktyè a.
PSA 74:4 Advèsè Ou yo te vin anraje nan mitan kote asanble Ou a. Yo fin monte pwòp drapo yo kon avètisman an.
PSA 74:5 Yo aji kòn yon moun k ap leve rach li nan mitan yon forè bwa.
PSA 74:6 Epi koulye a, tout travay skilpti li yo, yo kraze ak rach avèk mato.
PSA 74:7 Yo fin brile sanktyè Ou a jis rive atè. Yo te souye abitasyon ki fèt nan non Ou an.
PSA 74:8 Yo te pale nan kè yo: “Annou kraze yo nèt.” Yo te brile tout kote asanble Bondye nan tout peyi a.
PSA 74:9 Nou paz ankò wè mèvèy yo. Nanpwen pwofèt ankò. Ni pa genyen pami nou ki konnen konbyen de tan sa va dire.
PSA 74:10 Konbyen de tan, O Bondye, advèsè a va moke nou ak mo brile? Èske se pou tout tan lènmi an va giyonnen non Ou konsa?
PSA 74:11 Poukisa Ou retire men Ou? Sitou men dwat Ou? Fè l parèt sòti anndan lestonmak Ou pou detwi yo!
PSA 74:12 Men Bondye se Wa mwen depi nan tan ansyen yo. Li te fè zèv delivrans nan mitan latè.
PSA 74:13 Ou te divize lanmè a ak fòs kouraj Ou. Ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.
PSA 74:14 Ou te kraze tèt Levyatan an. Ou te bay li kon manje pou bèt sovaj.
PSA 74:15 Ou te fè pete sous ki koule dlo fre. Ou te seche gwo rivyè pwisan yo.
PSA 74:16 Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou. Ou te prepare limyè a avèk solèy la.
PSA 74:17 Ou te etabli tout lizyè latè yo. Ou te fè sezon ete ak sezon livè.
PSA 74:18 Sonje bagay sa a, O SENYÈ, ke lènmi yo te meprize Ou, e yon pèp ki plen ak foli te refize non Ou.
PSA 74:19 Pa livre nanm a toutrèl Ou a bèt sovaj yo. Pa bliye lavi aflije Ou yo pou tout tan.
PSA 74:20 Konsidere akò Ou, paske kote fènwa yo nan tout latè a, plen ak abitasyon vyolans yo.
PSA 74:21 Pa kite oprime yo retounen nan gwo wont. Kite aflije yo ak malere yo louwe Non Ou.
PSA 74:22 Leve, O Bondye! Plede koz Ou! Sonje jan lòm plen foli meprize Ou tout lajounen.
PSA 74:23 Pa bliye vwa advèsè Ou yo. Gwo zen a sila ki leve kont Ou yo monte tout tan, san rete.
PSA 75:1 Pou direktè koral la; pou jwe a melodi “Pa Detwi” Yon Sòm Asaph, yon Chanson Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye, Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre. Moun yo fè deklarasyon zèv mèvèy Ou yo.
PSA 75:2 “Lè Mwen menm fikse yon tan ki apwente, Mwen va jije avèk jistis.
PSA 75:3 Latè avèk tout sa ki ladann souke. Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo.” Tan
PSA 75:4 Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!” A mechan an: “Pa leve kòn nan.
PSA 75:5 Pa leve kòn ou anwo. Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.”
PSA 75:6 Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès, ni bò kote dezè a, kab gen fòs pou leve moun anwo;
PSA 75:7 Men Bondye se jij la. Li fè yon moun desann, e li leve yon lòt fè l wo.
PSA 75:8 Paske gen yon tas nan men SENYÈ a, e diven an ap kimen. Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann. Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.
PSA 75:9 Men pou mwen, mwen va deklare sa, jis pou tout tan. Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la.
PSA 75:10 Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt. Men kòn a moun ladwati yo va leve wo.
PSA 76:1 Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd Yon Sòm Asaph, yon Chanson Bondye byen rekonèt nan Juda. Non Li gran an Israël.
PSA 76:2 Tabènak Li a nan Salem. Abitasyon Li an osi nan Sion.
PSA 76:3 La, Li te kase flèch dife yo, boukliye ak nepe ak zam lagè yo.
PSA 76:4 Ou manyifik, pi majeste pase mòn ak bèt lachas yo.
PSA 76:5 Sila ak gran kouraj yo te piyaje, yo te fonse tonbe nan dòmi mò a. Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.
PSA 76:6 Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob, ni chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.
PSA 76:7 Ou menm, Ou merite lakrent. Se kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?
PSA 76:8 Ou te fè jijman tande soti nan syèl la. Latè te krent, e te kanpe rete an plas
PSA 76:9 lè Bondye te leve nan jijman an, pou sove tout enb sou latè yo. Tan
PSA 76:10 Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa. Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.
PSA 76:11 Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo. Kite tout sila ki antoure Li yo mennen don a Sila ki merite lakrent lan.
PSA 76:12 Li va koupe retire nanm a prens yo. Wa latè yo gen lakrent Li.
PSA 77:1 Pou direktè koral la: pou Jeduthun. Yon Sòm Asaph Vwa m leve vè Bondye! Mwen kriye pou sekou. Vwa m leve vè Bondye pou L tande mwen.
PSA 77:2 Nan jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a. Nan nwit, mwen te lonje men m san poze. Nanm mwen te refize rekonfòte.
PSA 77:3 Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble. Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.
PSA 77:4 Ou te kenbe zye mwen yo louvri. Mwen tèlman twouble ke m pa kab pale.
PSA 77:5 Mwen te reflechi sou jou lansyen yo, ane lontan yo.
PSA 77:6 Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit. Mwen reflechi tout tan nan kè mwen. Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:
PSA 77:7 “Èske Senyè a va rejte nou pou tout tan? Èske Li p ap janm kite favè Li vini sou nou ankò?
PSA 77:8 Èske lanmou dous Li a kite nou pou tout tan? Èske pwomès Li yo fini nèt?
PSA 77:9 Èske Bondye te bliye gras Li, Oswa nan kòlè Li, èske Li te retire mizerikòd Li a?” Tan
PSA 77:10 Epi mwen te di: “Se chagren mwen ki fè m panse men dwat a Wo Pwisan an vin chanje.”
PSA 77:11 Mwen va sonje zèv SENYÈ yo. Anverite, Mwen va sonje mèvèy Ou yo nan tan ansyen yo.
PSA 77:12 Mwen va reflechi tout tan sou tout zèv Ou yo, pou m sonje nan kè m tout sa Ou te fè.
PSA 77:13 Chemen Ou a, O Bondye, se apa. Ki dye ki gran tankou Bondye pa nou an?
PSA 77:14 Ou se Bondye ki fè zèv mèvèy. Ou te fè pwisans Ou rekonèt pami pèp yo.
PSA 77:15 Avèk pwòp pouvwa Ou, Ou te rachte pèp Ou a, fis a Jacob yo avèk Joseph. Tan
PSA 77:16 Dlo yo te wè Ou, O Bondye. Dlo yo te wè Ou. Yo te nan gran doulè. Anplis, fon yo te boulvèse.
PSA 77:17 Nwaj yo te vide gwo dlo. Syèl yo te bay gwo kout loray. Flèch Ou yo te limen pa isit e pa lòtbò.
PSA 77:18 Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an. Loray yo te klere tout tè a. Mond lan te tranble. Li te souke.
PSA 77:19 Chemen Ou an te nan lanmè a, e vwa Ou nan dlo pwisan yo. Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
PSA 77:20 Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann, pa men Moïse avèk Aaron.
PSA 78:1 Yon Sòm a Asaph Koute, O pèp mwen an a lenstriksyon mwen. Panche zòrèy Ou vè pawòl a bouch mwen.
PSA 78:2 Mwen va ouvri bouch mwen avèk yon parabòl. Mwen va pale pawòl fonse a tan ansyen yo,
PSA 78:3 ke nou te tande, konnen e ke papa zansèt nou yo te fè nou konprann.
PSA 78:4 Nou p ap kache yo a pitit nou yo, men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a, fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
PSA 78:5 Paske Li te etabli yon temwayaj nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël, sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.
PSA 78:6 Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen. Menm pou sila ki poko fèt yo, pou yo ta kab leve e pale yo a pitit yo,
PSA 78:7 pou yo kab mete konfyans yo nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo, men kenbe kòmandman Li yo.
PSA 78:8 Pou yo pa fè tankou papa zansèt yo, yon jenerasyon tèt di e rebèl, yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl, ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.
PSA 78:9 Fis a Éphraïm yo ki konn tire flèch, te pote banza yo. Sepandan, nan jou batay la, yo te fè bak.
PSA 78:10 Yo pa t kenbe akò yo ak Bondye e te refize mache nan lalwa Li.
PSA 78:11 Yo te bliye zèv Li yo avèk mirak ke Li te montre yo.
PSA 78:12 Li te fòje mirak yo devan zansèt yo, nan peyi Égypte la ak nan chan Tsoan an.
PSA 78:13 Li te divize lanmè a e te fè yo pase ladann. Li te fè dlo yo kanpe wo tankou yon gwo pil.
PSA 78:14 Apre, Li te dirije yo avèk nwaj nan lajounen e nan tout nwit lan avèk limyè dife.
PSA 78:15 Li te fann wòch yo nan dezè a e te bay yo anpil dlo pou bwè tankou nan fon yo.
PSA 78:16 Li te fè parèt sous ki te pete sòti nan wòch la, e te fè dlo desann tankou larivyè.
PSA 78:17 Sepandan, yo te kontinye peche kont Li, e fè rebèl kont Pi Wo a nan dezè a.
PSA 78:18 Konsa, nan kè yo, yo te pase Bondye a leprèv lè yo te mande manje selon dezi yo.
PSA 78:19 Wi, yo te pale kont Bondye. Yo te di: “Èske Bondye kapab prepare yon tab nan dezè a?
PSA 78:20 Gade byen, Li te frape wòch la pou dlo kouri sòti e gwo sous yo t ap debòde. Èske Li kapab bay pen tou? Èske Li kab founi vyann pou pèp Li a?”
PSA 78:21 Pou sa, SENYÈ a te tande e te ranpli ak kòlè. Konsa, yon dife te limen kont Jacob, e chalè te monte tou kont Israël.
PSA 78:22 Paske yo pa t kwè nan Bondye, e pa t mete konfyans yo nan delivrans Li.
PSA 78:23 Men Li te kòmande nwaj anlè yo, e te louvri pòt syèl yo.
PSA 78:24 Li te fè lamàn vin tonbe tankou lapli sou yo, pou yo manje e te bay yo manje soti nan syèl la.
PSA 78:25 Lòm te manje manje a zanj yo. Li te voye manje ba yo an abondans.
PSA 78:26 Li te fè van lès la vante nan syèl yo e avèk pwisans Li, Li te dirije van sid la.
PSA 78:27 Li te fè tonbe vyann sou yo tankou lapli, tankou pousyè, menm zwazo ak zèl tankou sab lanmè.
PSA 78:28 Alò, Li te kite yo tonbe nan mitan kan an, toupatou abitasyon yo.
PSA 78:29 Konsa, yo te manje vant plen, e sa yo te mande, se sa Li te bay yo.
PSA 78:30 Avan, yo te satisfè dezi yo, pandan manje a te toujou nan bouch yo,
PSA 78:31 kòlè Bondye te leve kont yo e te touye kèk nan pi vanyan pami yo. Li te frape desann mesye pi chwazi Israël yo.
PSA 78:32 Malgre tout sa, yo te peche toujou, e pa t kwè nan zèv mèvèy Li yo.
PSA 78:33 Akoz sa, Li te fè jou yo fini mal, e ane yo nan laperèz sibit.
PSA 78:34 Lè Li te touye yo, nan lè sa a, yo te chache Li. Yo te retounen chache Li ak dilijans.
PSA 78:35 Konsa, yo te sonje ke Bondye te wòch yo, e Pi Wo a, redanmtè yo.
PSA 78:36 Men yo te twonpe Li ak bouch yo. Yo te manti a Li ak lang yo.
PSA 78:37 Paske kè yo pa t fèm vè Li menm, ni yo pa t fidèl selon akò Li.
PSA 78:38 Men Li menm, akoz mizerikòd Li, te padone inikite yo, e pa t detwi yo. Wi, souvan Li te ralanti kòlè Li e pa t kite tout kòlè li vin leve.
PSA 78:39 Konsa, Li te sonje ke se sèl chè yo te ye, yon van pase ki pa retounen ankò.
PSA 78:40 Konbyen fwa yo te fè rebèl kont Li nan dezè a, e te fè L soufri lapèn la nan savann an!
PSA 78:41 Anpil fwa, yo te pase Bondye a leprèv, epi te fè Sila Ki Sen A Israël la soufri doulè.
PSA 78:42 Yo pa t sonje pwisans Li, ni jou ke Li te delivre yo nan men advèsè yo,
PSA 78:43 lè Li te akonpli mirak Li yo an Égypte ak mèvèy Li yo nan chan Tsoan an.
PSA 78:44 Li te chanje rivyè yo an san. Konsa, nan sous yo, yo pa t kab bwè.
PSA 78:45 Li te voye pami yo mouch an gran kantite ki te devore yo, avèk krapo ki te detwi yo.
PSA 78:46 Li te bay chan rekòlt a chwalbwa a, ak pwodwi travay yo a krikèt la.
PSA 78:47 Li te detwi chan fwi yo ak lagrèl e bwa sikomò yo ak fredi.
PSA 78:48 Li te bay bèt yo tou a lagrèl e twoupo yo a loray.
PSA 78:49 Li te voye sou yo chalè kòlè Li, gwo kòlè avèk endiyasyon ak twoub, ak yon bann zanj ki pou detwi yo.
PSA 78:50 Li te fè yon chemen pou lakòlè Li. Li pa t epagne nanm yo de lanmò, men te bay lavi yo a gwo fleyo.
PSA 78:51 Li te frape di tout premye ne an Égypte yo, premye sòti a fòs kouraj yo nan tant a Cham yo.
PSA 78:52 Men Li te mennen fè sòti pwòp pèp li a tankou mouton. Li te dirije yo nan dezè a tankou yon twoupo.
PSA 78:53 Li te dirije yo avèk swen pou yo pa pè, men lanmè te vale lènmi yo.
PSA 78:54 Konsa, Li te mennen yo nan peyi sen Li an, vè peyi ti kolin ke men dwat Li te vin posede a.
PSA 78:55 Anplis, li te chase nasyon yo devan yo, te pataje pou yo yon eritaj selon mezi li, e te fè tribi Israël yo abite nan tant yo.
PSA 78:56 Sepandan, yo te tante e fè rebèl kont Bondye Pi Wo a, e pa t kenbe temwayaj Li yo,
PSA 78:57 men te vire fè bak e te aji nan malveyans tankou papa zansèt yo. Yo te vire akote tankou yon banza ki tòde.
PSA 78:58 Paske yo te pwovoke Li avèk wo plas yo, e te fè L jalou avèk imaj taye yo.
PSA 78:59 Lè Bondye te tande, Li te vin ranpli avèk kòlè, e te vin deteste Israël anpil.
PSA 78:60 Jiskaske Li te abandone abitasyon Silo, tant ke li te konn monte pami lòm nan,
PSA 78:61 e te bay yo menm ki te fòs Li, an kaptivite, glwa Li nan men advèsè a.
PSA 78:62 Anplis, Li te livre pèp Li a de nepe e te vin ranpli avèk kòlè kont eritaj Li a.
PSA 78:63 Dife te devore jennonm Li yo e vyèj Li yo pa t gen chan maryaj.
PSA 78:64 Prèt Li yo te tonbe pa nepe e Vèv Li yo pa t kab kriye.
PSA 78:65 Konsa, SENYÈ a te leve tankou se nan dòmi Li te ye, tankou yon gèrye ki rele fò akoz diven.
PSA 78:66 Li te pouse advèsè Li yo fè bak. Li te mete sou yo yon repwòch ki pa t ap fini menm.
PSA 78:67 Anplis, Li te rejte tant Josepeh la, ni pa t chwazi tribi Éphraïm nan.
PSA 78:68 Men Li te chwazi tribi Juda a, Mòn Sion ke Li te renmen anpil la.
PSA 78:69 Li te bati sanktyè Li tankou wotè mòn yo, tankou latè ke Li te etabli jis pou tout tan an.
PSA 78:70 Anplis, Li te chwazi David, sèvitè Li a. Li te pran l sòti nan Pak mouton yo,
PSA 78:71 sòti nan okipe mouton k ap fè pitit, avèk ti mouton nouris, Li te mennen li, pou vin bèje Jacob, pèp Li a, avèk Israël, eritaj Li a.
PSA 78:72 Konsa, Li te fè bèje yo selon entegrite kè l, e te gide yo avèk men abil li.
PSA 79:1 Yon Sòm Asaph O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a. Yo te souye sen tanp Ou an. Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.
PSA 79:2 Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje pou zwazo syèl yo. Chè a fidèl Ou yo, yo fin bay a bèt latè yo.
PSA 79:3 Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem. Pa t genyen moun ki pou antere yo.
PSA 79:4 Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo, Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.
PSA 79:5 Jiskilè, O SENYÈ? Èske Ou va rete fache nèt? Èske jalouzi Ou va brile tankou dife tout tan?
PSA 79:6 Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo, ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo.
PSA 79:7 Paske yo te devore Jacob. Yo te devaste abitasyon Li an.
PSA 79:8 Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou. Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou, paske nou fin rive ba nèt.
PSA 79:9 Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou. Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou.
PSA 79:10 Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?” Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou, ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.
PSA 79:11 Kite vwa prizonye k ap plenyen yo rive devan Ou. Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò.
PSA 79:12 Fè remèt a vwazen nou yo, sèt fwa antre nan vant yo, repwòch avèk sila yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.
PSA 79:13 Konsa nou menm, pèp Ou a, ak mouton a patiraj Ou a, Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan. A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.
PSA 80:1 Pou direktè koral la; pou jwe a “Lis Akò Yo”. Yon Sòm Asaph O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la, Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo, Ou menm ki chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.
PSA 80:2 Devan Éphraïm avèk Benjamin ak Manassé, fè vire tout fòs Ou. Vin bannou sekou!
PSA 80:3 O Bondye, restore nou! Fè vizaj Ou briye sou nou e nou va sove.
PSA 80:4 O Bondye dèzame yo, pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?
PSA 80:5 Ou te bay yo pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo. Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.
PSA 80:6 Ou fè nou vin yon objè konfli devan vwazen nou yo. Lènmi nou yo ri pami yo menm.
PSA 80:7 O Bondye dèzame yo, restore nou! Fè vizaj Ou klere sou nou e nou va sove.
PSA 80:8 Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte. Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te plante li la.
PSA 80:9 Ou te netwaye tè a devan l. Li te anrasine byen fon e te ranpli peyi a.
PSA 80:10 Mòn yo te kouvri ak lonbraj li. Branch li yo te kon bwa sèd Bondye yo.
PSA 80:11 Li te voye branch li yo rive jis nan lanmè, ak boujon li yo jis nan Rivyè a.
PSA 80:12 Poukisa Ou te kraze tout kloti li yo, pou tout sila ki pase la yo kab rekòlte fwi li yo?
PSA 80:13 Yon gwo mal kochon sovaj sòti nan forè pou manje ladann e bèt sovaj chan an manje sou li.
PSA 80:14 O Bondye dèzame yo, vire fè bak depi koulye a, nou sipliye Ou, souple. Gade soti anwo nan syèl la pou wè, e okipe pye rezen sila a.
PSA 80:15 Menm boujon ke men dwat Ou te plante a, e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.
PSA 80:16 Li fin brile ak dife. Li fin koupe atè nèt. Yo peri ak repwòch devan Ou.
PSA 80:17 Kite men Ou rete sou nonm nan ki se moun men dwat Ou a, sou fis a lòm ke ou te fè pwisan pou Ou menm nan.
PSA 80:18 Konsa, nou p ap vire fè bak kite Ou. Fè nou leve ankò e nou va rele non Ou.
PSA 80:19 O SENYÈ dezame yo, restore nou. Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.
PSA 81:1 Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou! Rele fò ak jwa a Bondye a Jacob la!
PSA 81:2 Leve yon chan, bat tanbouren an, gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.
PSA 81:3 Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan, sou plèn lin nan, nan jou fèt nou an.
PSA 81:4 Paske se yon règleman Israël, yon òdonans a Bondye Jacob la.
PSA 81:5 Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph lè li te ale toupatou nan peyi Égypte la. Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.
PSA 81:6 Mwen te retire fado a sou zepòl li. Men li yo te vin lib panyen an.
PSA 81:7 Ou te rele nan twoub la e Mwen te fè ou sekou. Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a. Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. Tan
PSA 81:8 Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou. O Israël, si ou ta koute Mwen!
PSA 81:9 Pa kite okenn dye etranje rete pami nou. Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.
PSA 81:10 Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la. Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.
PSA 81:11 Men pèp Mwen an pa t koute vwa M. Ni Israël pa t obeyi Mwen.
PSA 81:12 Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo, pou mache nan pwòp manèv yo.
PSA 81:13 O ke pèp Mwen an ta koute Mwen, ke Israël ta mache nan vwa Mwen yo!
PSA 81:14 Mwen ta soumèt lènmi yo byen vit e ta vire men m kont advèsè yo.
PSA 81:15 Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm e pinisyon yo ta pou tout tan.
PSA 81:16 Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk pi bon kalite ble a. Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.
PSA 82:1 Yon Sòm Asaph Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a. Li fè jijman nan mitan dye yo.
PSA 82:2 Pou konbyen de tan nou va jije san jistis, e montre favè a mechan yo?
PSA 82:3 “Fè defans fèb yo ak òfelen yo. Fè jistis a aflije ak malere yo.
PSA 82:4 Sove fèb yo ak malere yo. Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”
PSA 82:5 Yo pa konnen ni yo pa konprann. Yo mache toupatou nan fènwa. Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.
PSA 82:6 Mwen te di: “Se dye ke nou ye, e nou tout se fis a Pi Wo a.
PSA 82:7 Sepandan, nou va mouri tankou moun, e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”
PSA 82:8 Leve, O Bondye, jije tè a! Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.
PSA 83:1 Yon Chan. Yon Sòm Asaph O Bondye, pa rete an silans. Pa fè silans, O Bondye. Pa rete trankil.
PSA 83:2 Paske gade byen, lènmi Ou yo ap fè zen. Sila ki rayi Ou yo leve tèt yo byen wo.
PSA 83:3 Yo fè plan malen kont pèp Ou a. Yo fè konplo ansanm kont sila ki se trezò Ou.
PSA 83:4 Yo te di: “Vini, annou disparèt yo nèt kon nasyon, pou non Israël la pa sonje ankò menm.”
PSA 83:5 Paske yo te fè konplo ansanm ak yon sèl panse. Kont Ou menm, yo fè yon akò.
PSA 83:6 Tant a Édom avèk Izmayelit yo, Moab ak Agarenyen yo,
PSA 83:7 Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;
PSA 83:8 Anplis, Asiryen yo te vin jwenn ansanm avèk yo, yo te prete lamen a pitit a Lot yo. Tan
PSA 83:9 Aji avèk yo tankou Madian, tankou avèk Sisera ak Jabin nan ravin Kison an!
PSA 83:10 Ki te fin detwi nan En-Dor, ki te vin tankou fimye sou latè.
PSA 83:11 Fè tout chèf yo tankou Oreb avèk Zeeb e tout prens yo tankou Zébach avèk Tsalmunna,
PSA 83:12 Ki te di: “Annou vin posede patiraj Bondye yo pou kont nou.”
PSA 83:13 O Bondye mwen, fè yo tankou pousyè toubiyon! Tankou pay devan van!
PSA 83:14 Tankou dife ki brile forè a, ak flanm ki limen nan tout mòn nan pou yo brile nèt.
PSA 83:15 Konsa, kouri dèyè yo avèk tanpèt Ou e teworize yo ak gwo siklòn Ou.
PSA 83:16 Plen figi yo ak gwo wont, pou yo kab chache non pa Ou, O SENYÈ.
PSA 83:17 Kite yo vin wont e dekouraje jis pou tout tan. Wi, kite yo imilye e peri,
PSA 83:18 pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl ki pote non “Bondye”, Pi Wo sou tout tè a.
PSA 84:1 Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo. A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo!
PSA 84:2 Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a. Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.
PSA 84:3 Zwazo a osi te twouve yon kay, e iwondèl la yon nich pou li menm, kote li kapab swaye pitit li yo pre lotèl Ou yo, Oh Wa m ak Bondye m.
PSA 84:4 A la beni sila ki demere nan lakay Ou yo beni! Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.
PSA 84:5 A la beni nonm ki gen fòs li nan Ou, Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.
PSA 84:6 Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous; Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.
PSA 84:7 Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo. Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.
PSA 84:8 O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen. Prete zorèy Ou, O Bondye Jacob la! Tan
PSA 84:9 Gade byen boukliye nou an. Gade sou vizaj onksyone Ou a.
PSA 84:10 Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te jeran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.
PSA 84:11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
PSA 84:12 O SENYÈ dèzame yo! A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!
PSA 85:1 Pou direktè koral la; Yon Sòm a fis a Koré yo O SENYÈ, Ou te montre favè Ou a peyi Ou a. Ou te restore kaptivite a Jacob la.
PSA 85:2 Ou te padone inikite a pèp Ou a. Ou te kouvri tout peche yo.
PSA 85:3 Ou te retire tout gran kòlè Ou. Ou te detounen kòlè Ou ki brile a.
PSA 85:4 Restore nou, O Bondye a sali nou an, e fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.
PSA 85:5 Èske Ou va fache avèk nou jis pou tout tan? Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?
PSA 85:6 Èske se pa Ou menm ki pou fè nou reprann ankò? Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?
PSA 85:7 Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ. Pèmèt nou resevwa sali Ou a.
PSA 85:8 Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di. Paske L ap pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo, men pa kite yo retounen nan foli yo.
PSA 85:9 Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo, pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.
PSA 85:10 Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm. Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.
PSA 85:11 Verite vòltije sòti nan latè, e Ladwati veye depi anwo nan syèl la.
PSA 85:12 Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon, e peyi nou an va bay rekòlt li.
PSA 85:13 Ladwati va mache devan L. L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.
PSA 86:1 Yon priyè a David Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen. Paske mwen aflije e malere.
PSA 86:2 Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl. Ou menm, Bondye mwen an, sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a.
PSA 86:3 Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske se a Ou menm mwen kriye tout lajounen.
PSA 86:4 Fè nanm a sèvitè Ou a kontan, paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen.
PSA 86:5 Paske Ou menm, Senyè a, Ou plen bonte e Ou prèt pou padone, ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila ki rele sou non Ou yo.
PSA 86:6 Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen. Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.
PSA 86:7 Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou, paske Ou va reponn mwen.
PSA 86:8 Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè, ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.
PSA 86:9 Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou adore devan Ou, O Senyè, e yo va bay non Ou glwa.
PSA 86:10 Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye. Se Ou sèl ki Bondye.
PSA 86:11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ. Mwen va mache nan verite Ou. Fè kè m dispoze pou krent non Ou.
PSA 86:12 Mwen va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m. Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.
PSA 86:13 Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran, e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.
PSA 86:14 O Bondye, mesye awogan yo te leve kont mwen, yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen. Yo pa mete Ou devan yo.
PSA 86:15 Men Ou menm, O SENYÈ, Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.
PSA 86:16 Vire vè mwen e fè m gras. O dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a, e fè sekou a fis a sèvant Ou a.
PSA 86:17 Montre m yon sign bonte Ou, pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.
PSA 87:1 Yon Sòm a fis a Koré yo; Yon Chan Fondasyon Li nan mòn sen yo.
PSA 87:2 SENYÈ a renmen pòtay Sion yo plis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo.
PSA 87:3 Yo pale sou gran mèvèy ou, O gran vil Bondye. Tan
PSA 87:4 Mwen va mete Rahab avèk Babylone pami sila ki rekonèt Mwen yo. Men vwala, Philistie, Tyr, avèk Éthiopie: “Tèl moun te fèt la”.
PSA 87:5 Men selon Sion, li va pale, “Sa a ak sila a fèt ladann.” Pi Wo a, Li menm, va etabli Sion.
PSA 87:6 SENYÈ a va konte lè Li anrejistre tout pèp yo: “Sa a te fèt la”. Tan
PSA 87:7 Epi sila ki chante ansanm avèk sila ki jwe flit yo va di: “Tout sous bwote yo, se nan ou”.
PSA 88:1 Yon Chan. Yon Sòm a fis Koré yo Pou direktè Koral la; selon melodi “Soufrans Afliksyon An”. Yon refleksyon pa Héman, Ezrachit la O SENYÈ, Bondye sali mwen an, Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.
PSA 88:2 Kite priyè mwen vini devan Ou. Panche zòrèy Ou vè kri mwen an!
PSA 88:3 Paske nanm mwen gen kont twoub li. Lavi m vin toupre sejou lanmò a.
PSA 88:4 Mwen vin konte pami sila ki desann nan fòs yo. Mwen parèt tankou yon nonm san fòs,
PSA 88:5 abandone pami mò yo, tankou sila ki te touye e kouche nan tonm lan. Sila a nou pa sonje ankò menm, ki koupe retire nan men Ou.
PSA 88:6 Ou te mete m nan fòs pi ba a, nan plas fènwa yo, nan fon yo.
PSA 88:7 Kòlè Ou vin poze sou mwen. Ou te aflije m ak tout vag lanmè Ou yo. Tan
PSA 88:8 Ou te retire tout moun mwen konnen byen lwen m. Ou te fè m yon objè abominab devan yo. Mwen fèmen anndan nèt e mwen pa kab sòti.
PSA 88:9 Zye m gen tan pouri akoz afliksyon. Mwen te rele Ou chak jou, O SENYÈ. Mwen te lonje men m yo vè Ou menm.
PSA 88:10 Èske Ou va fè mirak pou mò yo? Èske lespri ki fin pati yo va leve pou bay Ou lwanj? Tan
PSA 88:11 Èske lanmò dous Ou a va deklare nan tonbo a? Fidelite Ou nan labim nan?
PSA 88:12 Èske mirak Ou yo va fèt parèt nan tenèb la? Oswa ladwati Ou nan peyi kote tout bagay bliye yo?
PSA 88:13 Men anvè Ou, O SENYÈ, mwen te kriye. Nan maten, lapriyè mwen vini devan Ou.
PSA 88:14 O SENYÈ, poukisa Ou rejte nanm mwen? Poukisa Ou kache figi Ou kont mwen?
PSA 88:15 Mwen te aflije e prèt pou mouri depi nan jenès mwen. Pandan mwen soufri gwo laperèz Ou yo, mwen distrè nèt.
PSA 88:16 Kòlè Ou ki brile, fin pase sou mwen. Gwo laperèz Ou yo te koupe retire m.
PSA 88:17 Yo fin antoure mwen tankou dlo tout lajounen. Yo ansèkle m nèt.
PSA 88:18 Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt, ak zanmi m yo, nan tenèb.
PSA 89:1 Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan. Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.
PSA 89:2 Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a va kanpe dyanm jis pou tout tan. Ou te etabli syèl yo. Fidelite Ou rete nan yo.
PSA 89:3 “Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk moun apwente mwen an. Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,
PSA 89:4 ‘Mwen va etabli jèm ou nèt e bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’” Tan
PSA 89:5 Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ, ansanm ak fidelite Ou nan asanble sen yo.
PSA 89:6 Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a? Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,
PSA 89:7 Yon Bondye ki resevwa lakrent anpil nan asanble a sen yo, e mèvèye plis pase tout sila ki antoure Li yo?
PSA 89:8 O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki tankou Ou, O SENYÈ pwisan an? Anplis, fidelite Ou antoure Ou.
PSA 89:9 Ou domine ògèy lanmè a. Lè vag li yo vin leve, Ou kalme yo.
PSA 89:10 Ou menm, Ou te kraze Rahab (Égypte) tankou yon moun ki fin touye. Ou te gaye lènmi Ou yo avèk men pwisan Ou.
PSA 89:11 Syèl yo se pou Ou. Tè a se pa Ou tou. Lemond ak tout sa ki ladann, se Ou menm ki te etabli yo.
PSA 89:12 Nò ak sid, se Ou menm ki te kreye yo. Thabor avèk Hermon kriye avèk jwa a non Ou.
PSA 89:13 Ou gen yon men byen fò. Men dwat Ou leve byen wo.
PSA 89:14 Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an. Lanmou dous avèk verite mache devan Ou.
PSA 89:15 A la beni, pèp ki konnen son lajwa a beni! O SENYÈ, yo mache nan limyè a vizaj Ou a.
PSA 89:16 Nan non Ou, yo rejwi tout lajounen, e pa ladwati Ou, yo vin egzalte.
PSA 89:17 Paske Ou se glwa a fòs yo, e pa favè Ou, kòn nou vin egzalte.
PSA 89:18 Paske boukliye nou apatyen a SENYÈ a, e wa nou an se Sila Ki Sen An Israël la.
PSA 89:19 Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo. Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan. Mwen te fè leve yon jennom ki te chwazi pami pèp la.
PSA 89:20 Mwen te twouve David, sèvitè Mwen an. Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l.
PSA 89:21 Avèk li menm, men M va vin etabli. Anplis, bra M va ranfòse li.
PSA 89:22 Lènmi an p ap twonpe li. Ni fis a mechanste a p ap aflije li.
PSA 89:23 Men Mwen va kraze advèsè li yo devan l, e frape sila ki rayi li yo.
PSA 89:24 Fidelite Mwen avèk lanmou dous Mwen va avèk li. Nan non Mwen, kòn li va vin egzalte.
PSA 89:25 Mwen va osi mete men li sou lanmè a, ak men dwat li sou rivyè yo.
PSA 89:26 Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m, Bondye m Wòch a sali mwen an.
PSA 89:27 Anplis, Mwen va fè li premye ne Mwen, pi wo pami tout wa latè yo.’
PSA 89:28 Lanmou dous Mwen va kenbe pou li jis pou tout tan, e akò Mwen va konfime a li menm.
PSA 89:29 Konsa, Mwen va etabli desandan li yo jis pou tout tan, e twòn li tankou jou syèl yo.
PSA 89:30 Si fis li yo abandone lalwa Mwen an, e pa mache nan jijman Mwen yo,
PSA 89:31 si yo vyole règleman Mwen yo, e pa kenbe kòmandman Mwen yo,
PSA 89:32 alò Mwen va pini transgresyon yo avèk yon baton, e inikite yo avèk kout fwèt.
PSA 89:33 Men Mwen p ap retire lanmou dous sou li, ni aji avèk movèz fwa selon fidelite mwen.
PSA 89:34 Mwen p ap vyole akò mwen an, ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo.
PSA 89:35 Depi Mwen fin sèmante selon sentete Mwen, Mwen p ap manti a David.
PSA 89:36 Desandan li yo va dire jis pou tout tan, e twòn li va tankou solèy la devan M.
PSA 89:37 Li va etabli jis pou tout tan tankou lalin nan, temwen nan syèl la ki toujou fidèl.”
PSA 89:38 Men koulye a Ou vin refize ak rejete, Ou te plen ak kòlè kont onksyone Ou a.
PSA 89:39 Ou te desann e rejte akò a sèvitè ou a. Ou te pwofane kouwòn li an nan pousyè.
PSA 89:40 Ou te kraze tout miray li yo. Ou te fè sitadèl li yo kraze nèt.
PSA 89:41 Tout moun ki pase akote piyaje li. Li devni yon objè abominab pami vwazen li yo.
PSA 89:42 Ou te egzalte men dwat a advèsè li yo. Ou te fè lènmi li yo rejwi.
PSA 89:43 Anplis, ou te plwaye lam nepe li a, e fè l pa kanpe pou batay la.
PSA 89:44 Ou te fè mayifisans li vin kraze fini e te jete twòn li jis atè.
PSA 89:45 Ou te fè jou a jenès li yo vin kout. Ou te kouvri li ak gwo wont.
PSA 89:46 Jiskilè, O SENYÈ? Èske Ou va kache figi Ou jis pou tout tan? Èske kòlè Ou va brile tankou dife pou tout tan?
PSA 89:47 Sonje longè lavi mwen genyen tèlman kout ke li tankou yon foli! Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!
PSA 89:48 Ki moun ki kab viv e pa wè lanmò? Èske li kab delivre nanm li de pouvwa sejou lanmò a? Tan
PSA 89:49 Kote lanmou dous Ou te konn genyen an, O SENYÈ? Sa Ou te sèmante a David nan fidelite Ou a?
PSA 89:50 Sonje, O Senyè, repwòch a sèvitè Ou yo, jan mwen pote nan lestonmak mwen, repwòch a tout nasyon pwisan yo,
PSA 89:51 Avèk sila, lènmi Ou yo te fè repwòch yo, O SENYÈ. Se konsa yo te repwoche mak pla pye onksyone Ou a.
PSA 89:52 Beni se SENYÈ a pou tout tan! Amen, e Amen.
PSA 90:1 Yon priyè Moïse; Moun Bondye a. Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye pandan tout jenerasyon yo.
PSA 90:2 Avan mòn yo te vin parèt, oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a, menm pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.
PSA 90:3 Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di: “Retounen, O pitit a lòm yo.”
PSA 90:4 Paske mil ane devan zye Ou se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.
PSA 90:5 Ou bale yo ale pandan y ap dòmi.
PSA 90:6 Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve. Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale.
PSA 90:7 Paske nou fin manje nèt akoz kòlè Ou. E akoz kòlè Ou, nou boulvèse nèt.
PSA 90:8 Ou te mete inikite nou yo devan Ou. Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.
PSA 90:9 Paske tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou. Ane nou yo ap fini kon souf.
PSA 90:10 Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan, oswa akoz gwo fòs, katre-ventan. Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès. Paske byen vit li prale, e nou vole ale.
PSA 90:11 Se kilès ki konprann fòs a kòlè Ou a? Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a?
PSA 90:12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo, pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.
PSA 90:13 Lache, O SENYÈ! Konbyen tan sa va ye? Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!
PSA 90:14 O fè nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a, pou nou kab chante ak jwa e fè kè kontan pandan tout jou nou yo.
PSA 90:15 Fè nou rejwi pou menm kantite jou ke Ou te aflije nou yo, tout ane ke nou te wè mal yo.
PSA 90:16 Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo, akmajeste Ou a pitit yo.
PSA 90:17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou, epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo. Wi, konfime zèv men nou yo.
PSA 91:1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.
PSA 91:2 Mwen va di a SENYÈ a: “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an. Se nan Li mwen mete konfyans!”
PSA 91:3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a, ak ravaj gwo maladi yo.
PSA 91:4 Li va kouvri ou ak plim Li yo. Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj. Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
PSA 91:5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,
PSA 91:6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa, ni destriksyon ki devaste a midi.
PSA 91:7 Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou, ak di mil sou men agoch ou, men sa p ap pwoche ou.
PSA 91:8 Ou va sèlman gade avèk zye ou pou wè rekonpans a mechan yo.
PSA 91:9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou, menm Pi Wo a, kote pou ou rete.
PSA 91:10 Nanpwen mal k ap rive ou, Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
PSA 91:11 Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm, pou veye ou nan tout chemen ou yo.
PSA 91:12 Yo va leve ou byen wo nan men yo, pou ou pa frape pye ou kont wòch.
PSA 91:13 Ou va pile sou lyon an ak koulèv la. Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.
PSA 91:14 Paske li te renmen M konsa, pou sa, Mwen va delivre li. Mwen va mete li byen solid an wo, akoz li te rekonèt non Mwen.
PSA 91:15 Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li. Mwen va avèk Li nan tan twoub la. Mwen va delivre li e bay li lonè.
PSA 91:16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long, e kite li wè sali mwen.
PSA 92:1 Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a, pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,
PSA 92:2 pou deklare lanmou dous Ou nan maten avèk fidelite Ou nan lannwit,
PSA 92:3 avèk lenstriman a kòd e avèk ap, avèk mizik ki retanti sou lir.
PSA 92:4 Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a. Mwen va chante chan viktwa a akoz zèv men Ou yo.
PSA 92:5 A la zèv Ou yo gran, O SENYÈ! Panse Ou yo byen pwofon.
PSA 92:6 Yon nonm ensanse pa gen konesans, ni yon nonm bèt pa konprann sa:
PSA 92:7 Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la, e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo, se te pou yo ta kapab detwi jis pou tout tan.
PSA 92:8 Men Ou menm O SENYÈ, Ou an wo jis pou tout tan.
PSA 92:9 Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ, paske gade byen, lènmi Ou yo va peri. Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.
PSA 92:10 Men Ou te fè kòn mwen an leve wo tankou bèf mawon. Mwen te onksyone avèk lwil nèf.
PSA 92:11 Epi zye mwen vin gade avèk kè kontan malfektè ki leve kont mwen yo.
PSA 92:12 Moun dwat la va fleri tankou palmis. Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.
PSA 92:13 Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis. Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.
PSA 92:14 Yo va bay fwi toujou lè yo vin vye. Yo va plen ak dlo bwa vèt. Y ap rete vèt nèt.
PSA 92:15 Konsa, yo deklare ke SENYÈ a toujou dwat. Li se wòch mwen, e nanpwen anyen ki pa dwat nan Li.
PSA 93:1 SENYÈ a renye! Li abiye an majeste! SENYÈ a te abiye Li ak fòs. Anverite, mond lan etabli byen solid. Li pa ebranle menm.
PSA 93:2 Twòn Ou etabli depi tan ansyen an. Ou la depi nan etènite.
PSA 93:3 Flèv yo te leve, O SENYÈ, Flèv yo te leve vwa yo, flèv yo te leve gwo vag frapan yo.
PSA 93:4 Plis pase bri a anpil dlo, pase gwo vag lanmè debòde, SENYÈ anwo a pwisan.
PSA 93:5 Regleman Ou yo kanpe nèt; Sentete byen bèl lakay Ou a O SENYÈ, jis pou tout tan.
PSA 94:1 O SENYÈ, Bondye a vanjans lan, Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!
PSA 94:2 Vin leve, O Jij sou tè a. Bay rekonpans a moun ògeye yo.
PSA 94:3 Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ, pou konbyen de tan mechan yo va leve tèt yo wo?
PSA 94:4 Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy. Tout moun ki fè mechanste yo vante tèt yo.
PSA 94:5 Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ. Yo aflije eritaj Ou a.
PSA 94:6 Yo touye vèv yo avèk etranje a. Yo asasine òfelen yo.
PSA 94:7 Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye Jacob la p ap okipe sa a.”
PSA 94:8 Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la; Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?
PSA 94:9 Sila ki te plante zòrèy la, èske Li pa tande? Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.
PSA 94:10 Sila ki fè chatiman nasyon yo, èske Li p ap fè repwòch? Sila ki enstwi lòm; Li konnen!
PSA 94:11 SENYÈ a konnen panse a lòm, ke se sèlman yon souf ke yo ye.
PSA 94:12 Beni se nonm ke Ou bay chatiman an, O SENYÈ, ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,
PSA 94:13 pou Ou kapab bay li sekou nan jou advèsite yo, jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.
PSA 94:14 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a, ni Li p ap lage pèp eritaj Li a.
PSA 94:15 Paske jijman an va devni dwat ankò e tout pèp ladwati yo va swiv li.
PSA 94:16 Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo? Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?
PSA 94:17 Si SENYÈ a pa t sekou mwen, nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.
PSA 94:18 Si mwen ta di: “Pye m glise,” Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
PSA 94:19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m, konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.
PSA 94:20 Èske yon twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou? Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?
PSA 94:21 Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo, e kondane inosan yo a lanmò.
PSA 94:22 Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e Bondye mwen an, wòch ki pwoteje mwen an.
PSA 94:23 Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e va koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo. SENYÈ nou an va koupe retire yo.
PSA 95:1 O vini, annou chante a SENYÈ a! Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;
PSA 95:2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman, Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
PSA 95:3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e yon gran wa pi wo ke tout dye yo.
PSA 95:4 Nan men Sila pwofondè latè yo ye a. Pwent mòn yo osi se pou Li.
PSA 95:5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l. Ak men L, Li te fòme tè sèch la.
PSA 95:6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène. Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.
PSA 95:7 Paske se Li menm ki Bondye nou an. Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo. Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,
PSA 95:8 pa fè kè nou vin di tankou nan Meriba, tankou nan jou a Massa nan dezè yo,
PSA 95:9 “lè papa zansèt nou yo te pase M a leprèv. Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo.
PSA 95:10 Pandan karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di: “Yo se yon pèp ki egare nan kè yo. Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”
PSA 95:11 Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen, “Anverite, yo p ap antre nan repo Mwen an.”
PSA 96:1 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf! Chante a SENYÈ a tout latè a.
PSA 96:2 Chante a SENYÈ a! Beni non Li! Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
PSA 96:3 Pale glwa Li pami nasyon yo, zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
PSA 96:4 Paske gran se SENYÈ a! Li merite gran lwanj. Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.
PSA 96:5 Paske tout dye a pèp yo se zidòl, men SENYÈ a te fè syèl yo.
PSA 96:6 Tout bèlte ak majeste devan L. Pwisans ak bèlte rete nan sanktyè Li a.
PSA 96:7 Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo, bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.
PSA 96:8 Bay a SENYÈ a glwa a non Li. Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.
PSA 96:9 Adore SENYÈ a nan abiman ki sen. Tranble devan L, tout latè a.
PSA 96:10 Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.” Anverite, mond lan etabli byen solid. Li p ap ebranle menm. SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.
PSA 96:11 Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi. Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
PSA 96:12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo. Epi tout bwa nan forè yo va chante ak jwa
PSA 96:13 devan SENYÈ a, paske L ap vini. Paske L ap vini pou jije latè. Li va jije mond lan avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.
PSA 97:1 SENYÈ a renye, kite latè rejwi! Kite tout lil yo fè kè kontan!
PSA 97:2 Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li. Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.
PSA 97:3 Se dife ki ale devan L pou brile tout advèsè Li yo toupatou.
PSA 97:4 Loray Li yo klere tout mond lan. Latè wè e li tranble.
PSA 97:5 Mòn yo fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a, devan prezans SENYÈ tout latè a.
PSA 97:6 Syèl yo deklare ladwati Li e tout pèp yo te wè glwa Li.
PSA 97:7 Kite tout sila ki sèvi limaj taye yo vin wont, ki vin ògeye sou zafè zidòl yo. Adore Li, tout dye yo.
PSA 97:8 Sion te tande sa e te rejwi. Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.
PSA 97:9 Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè. Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.
PSA 97:10 Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la! Li pwoteje nanm a fidèl Li yo. Li delivre yo nan men a mechan yo.
PSA 97:11 Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo, ak kè kontan pou sila ak kè ki dwat yo.
PSA 97:12 Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e bay remèsiman a non sen Li an.
PSA 98:1 Yon Sòm O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy. Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.
PSA 98:2 SENYÈ a te fè sali Li rekonèt. Li te devwale ladwati Li pou tout nasyon yo wè.
PSA 98:3 Li te sonje lanmou dous Li a avèk fidelite Li pou lakay Israël.
PSA 98:4 Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè! Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!
PSA 98:5 Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap, avèk ap ak vwa melodi a.
PSA 98:6 Avèk twonpèt ak son a kòn. Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.
PSA 98:7 Kite lanmè a fè gwo bri ak tout sa ki ladann, Lemonn ak tout sa ki rete ladann yo.
PSA 98:8 Kite larivyè yo bat men yo. Kite mòn yo chante ansanm ak jwa
PSA 98:9 devan SENYÈ a, paske l ap vini pou jije latè. Li va jije lemonn ak ladwati Li E pèp yo avèk jistis.
PSA 99:1 SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble. Li plase twòn Li an anwo cheriben yo. Kite latè pran tranble!
PSA 99:2 SENYÈ a gran nan Sion. Li leve wo anwo tout pèp yo.
PSA 99:3 Kite yo louwe non Ou ki gran e mèvèye; Se sen ke Li ye.
PSA 99:4 Pwisans a Wa a renmen lajistis. Ou te etabli ekite. Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.
PSA 99:5 Leve wo SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan machpye twòn Li an. Se sen ke Li ye.
PSA 99:6 Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e Samuel te pami sila ki te rele non Li yo. Yo te rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.
PSA 99:7 Li te pale ak yo nan pilye nwaj la. Yo te kenbe temwayaj Li yo, avèk règleman ke Li te bay yo.
PSA 99:8 O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo. Ou te pou yo yon Bondye ki padone, men Ou te pran vanjans sou zak mechan yo.
PSA 99:9 Egzalte SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan mòn sen Li an, paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!
PSA 100:1 Yon Sòm Remèsiman an Rele fò a SENYÈ tout latè a!
PSA 100:2 Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan! Vini devan Li avèk chan lajwa.
PSA 100:3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye. Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye. Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.
PSA 100:4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman, e nan lakou Li yo avèk lwanj. Ba Li remèsiman! Beni non Li!
PSA 100:5 Paske Bondye bon. Lanmou dous li a dire jis pou tout tan, e fidelite Li a tout jenerasyon yo.
PSA 101:1 Yon Sòm David Mwen va chante de lanmou dous avèk jistis. A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.
PSA 101:2 Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la. Kilè Ou va vini kote mwen? Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.
PSA 101:3 Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m. Mwen rayi zèv a sila ki chite yo. Sa p ap tache men l sou mwen.
PSA 101:4 Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen. Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.
PSA 101:5 Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè, li menm, mwen va detwi. Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.
PSA 101:6 Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m. Sila ki mache nan chemen san fot la, se li menm ki va sèvitè mwen.
PSA 101:7 Sila ki pratike manti p ap rete lakay mwen. Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.
PSA 101:8 Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo, Pou m kab koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.
PSA 102:1 Koute lapriyè mwen, O SENYÈ! Epi kite kri sekou mwen rive bò kote Ou.
PSA 102:2 Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an; Panche zòrèy Ou bò kote m. Nan jou ke m rele Ou a, reponn mwen vit.
PSA 102:3 Paske jou m yo te manje nèt nan lafimen, e zo m te chofe tankou yon chemine.
PSA 102:4 Kè m fin frape tankou zèb. Li fennen nèt. Anverite, mwen bliye manje pen mwen.
PSA 102:5 Akoz gwo bri kri mwen yo, zo m yo kole sou chè m.
PSA 102:6 Mwen sanble ak yon grangozye nan dezè. Mwen tankou yon frize nan gran savann.
PSA 102:7 Mwen kouche zye tou louvri. Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.
PSA 102:8 Lènmi m yo repwoche m tout lajounen. Sila ki moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.
PSA 102:9 Paske mwen te manje sann kon pen e mele bwason m ak dlo zye m,
PSA 102:10 akoz endiyasyon avèk kòlè Ou. Ou te leve m wo e te jete m lwen.
PSA 102:11 Jou m yo tankou yon lonbraj ki vin long. Mwen vin fennen tankou zèb.
PSA 102:12 Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan E non Ou jis a tout jenerasyon yo.
PSA 102:13 Ou va leve pou fè pitye sou Sion, paske se lè pou fè li gras. Lè apwente a fin rive l.
PSA 102:14 Anverite, sèvitè Ou yo twouve plezi nan wòch li yo. Yo plen tristès akoz pousyè li.
PSA 102:15 Pou sa, nasyon yo va krent non SENYÈ a, e tout wa latè yo va krent glwa Ou.
PSA 102:16 Paske se SENYÈ a ki te ranfòse Sion. Li te parèt nan glwa Li.
PSA 102:17 Li te prete atansyon a lapriyè malere yo, e pa t meprize priyè yo.
PSA 102:18 Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an. Pou yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.
PSA 102:19 Li te gade anba soti nan wotè sen Li an. Soti nan syèl la, SENYÈ a te veye sou latè,
PSA 102:20 pou tande vwa plenyen a prizonye a, pou mete an libète sila ki te kondane a lanmò yo,
PSA 102:21 Pou lèzòm ta kab pale sou non SENYÈ a nan Sion, e bay lwanj Li nan Jérusalem,
PSA 102:22 pandan pèp yo rasanble ansanm ak wayòm yo, pou sèvi SENYÈ a.
PSA 102:23 Li fin febli fòs mwen nan chemen an. Li rakousi nonb de jou mwen yo.
PSA 102:24 Mwen te di: “O Bondye mwen an, pa rache m nan mitan jou mwen yo. Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.
PSA 102:25 Depi tan ansyen yo, Ou te fonde latè, e syèl yo se zèv lamen Ou yo.
PSA 102:26 Malgre yo peri, Ou menm va rete toujou. Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman. Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.
PSA 102:27 Men Ou menm, se menm jan an Ou ye. Ane pa Ou yo p ap janm fini.
PSA 102:28 Pitit a sèvitè Ou yo va kontinye, e desandan pa yo va etabli devan Ou.”
PSA 103:1 Yon Sòm David Beni SENYÈ a, O nanm mwen! Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!
PSA 103:2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen, e pa janm bliye benefis Li yo,
PSA 103:3 ki padone tout inikite ou yo, ki geri tout maladi ou yo,
PSA 103:4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la, ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk mizerikòd;
PSA 103:5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay, Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.
PSA 103:6 SENYÈ a fè zèv ladwati pou tout sila ki oprime yo.
PSA 103:7 Li te fè chemen Li yo byen klè a Moïse, zèv Li yo a fis Israël yo.
PSA 103:8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras, lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.
PSA 103:9 Li p ap toujou goumen ak nou, ni Li p ap kenbe kòlè Li jis pou tout tan.
PSA 103:10 Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo, ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.
PSA 103:11 Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a, menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.
PSA 103:12 Menm jan lès lwen lwès la, Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.
PSA 103:13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo, se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
PSA 103:14 Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt. Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.
PSA 103:15 Men pou lòm, jou li yo se tankou zèb. Tankou yon flè nan chan, se konsa li fleri.
PSA 103:16 Depi van fin pase sou li, li pa la ankò e plas li a pa rekonèt li ankò.
PSA 103:17 Men lanmou dous a SENYÈ a, soti pou tout tan jis rive pou tout tan sou sila ki gen lakrent Li yo e ladwati Li a pitit pitit li yo,
PSA 103:18 pou sila ki kenbe akò Li yo, e sonje règleman Li yo pou fè yo.
PSA 103:19 SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la e souverènte li regne sou tout bagay.
PSA 103:20 Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo, pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li, ki obeyisan a vwa pawòl Li!
PSA 103:21 Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo, nou menm ki sèvi Li nan fè volonte Li.
PSA 103:22 Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo, nan tout kote nan wayòm Li an. Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
PSA 104:1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen! O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran. Ou abiye avèk bèlte ak majeste.
PSA 104:2 Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto. Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.
PSA 104:3 Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo. Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li. Li mache sou zèl van an.
PSA 104:4 Li fè van yo vin mesaje Li. Flanm dife yo se minis Li.
PSA 104:5 Li te etabli tè a sou pwòp fondasyon li, pou l pa varye pou tout tan ni pou tout tan.
PSA 104:6 Ou te kouvri li avèk fon an tankou yon vètman. Dlo yo te kanpe anwo mòn yo.
PSA 104:7 Ak repwòch Ou, yo te sove ale. Lè vwa Ou te sone, yo te kouri ale.
PSA 104:8 Mòn yo te leve, vale yo te vin fon nan plas ke Ou te kòmande pou yo a.
PSA 104:9 Ou te plase yon limit pou dlo yo pa ta depase, pou yo pa retounen kouvri tè a.
PSA 104:10 Li fè sous yo vin koule nan vale yo. Yo koule antre mòn yo.
PSA 104:11 Yo bay dlo pou bwè a tout bèt chan yo. Bourik mawon yo bwè pou satisfè swaf yo.
PSA 104:12 Akote yo, zwazo syèl yo va poze kay. Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.
PSA 104:13 Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo. Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.
PSA 104:14 Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi pou zèv a lòm nan, pou li kab fè manje sòti nan tè a,
PSA 104:15 e diven ki fè kè a lòm kontan an, pou li kab fè figi li klere ak lwil, ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.
PSA 104:16 Pyebwa a SENYÈ yo bwè dlo jiskaske yo plen, pye sèd Liban ke Li te plante yo,
PSA 104:17 kote zwazo yo fè nich yo. Sigòy ki fè kay li nan pye sipre yo.
PSA 104:18 Mòn wo yo se pou kabrit mawon yo. Gwo falèz yo se yon kote pou daman yo kache.
PSA 104:19 Li te fè lalin nan pou sezon yo. Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.
PSA 104:20 Ou te chwazi tenèb la e li te devni lannwit, pou tout bèt forè yo mache toupatou.
PSA 104:21 Jenn lyon yo rele fò dèyè viktim yo, e chache manje yo nan men Bondye.
PSA 104:22 Solèy la vin leve. Yo retire yo pou ale kouche nan tanyè yo.
PSA 104:23 Lòm ale fè travay li. Li fè fòs jis lannwit rive.
PSA 104:24 O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil! Nan sajès, Ou te fè tout bagay. Latè ranpli ak byen Ou yo.
PSA 104:25 Genyen lanmè, gran e vast. Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm konte gwo bèt, kòn ti bèt.
PSA 104:26 Genyen gwo bato k ap pase ladann, ak levyatan ke Ou te fòme pou fè spò ladann nan.
PSA 104:27 Yo tout ap tann Ou pou bay yo manje nan lè yo.
PSA 104:28 Ou bay yo, e yo ranmase li. Ou ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.
PSA 104:29 Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt. Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
PSA 104:30 Ou voye Lespri Ou deyò; yo vin kreye. Konsa, Ou renouvle fas tè a.
PSA 104:31 Kite glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan. Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.
PSA 104:32 Li gade tè a e tè a vin tranble. Li touche mòn yo e yo fè lafimen.
PSA 104:33 Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv. Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.
PSA 104:34 Kite refleksyon mwen yo fè L plezi. Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.
PSA 104:35 Kite pechè yo vin disparèt sou tè a, E mechan yo vin pa la ankò. Beni SENYÈ a, O nanm mwen. Bay SENYÈ a lwanj!
PSA 105:1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.
PSA 105:2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li. Pale sou tout mèvèy Li yo.
PSA 105:3 Bay non Li glwa! Kite kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.
PSA 105:4 Chache SENYÈ a ak fòs Li. Chache fas Li san rete.
PSA 105:5 Sonje mèvèy ke Li te fè yo, mirak Li yo avèk jijman ke bouch Li te pale yo.
PSA 105:6 O jèm Abraham, sèvitè Li a, O fis Jacob la, sila ke Li te chwazi yo!
PSA 105:7 Li se SENYÈ a, Bondye nou an. Jijman Li yo nan tout latè.
PSA 105:8 Li te sonje akò Li a jis pou tout tan, pawòl ke Li te pase lòd bay pandan mil jenerasyon.
PSA 105:9 Akò ke Li te fè avèk Abraham nan, ak sèman ke Li te fè avèk Isaac la.
PSA 105:10 Li te konfime li a Jacob kon yon règleman, a Israël kon yon akò ki la pou tout tan.
PSA 105:11 Konsa Li te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi Canaan kon pòsyon eritaj ou,”
PSA 105:12 Sa te fèt lè se te sèlman kèk grenn moun ke yo te ye, pa anpil menm, mele ak moun etranje yo ladann l.
PSA 105:13 Yo t ap mache toupatou soti nan yon nasyon pou rive nan yon lòt, soti nan yon wayòm pou rive kote yon lòt pèp.
PSA 105:14 Li pa t kite pèsòn peze yo. Wi, Li te repwoche wa yo pou koz a yo menm:
PSA 105:15 “Pa touche onksyone mwen yo! Pa fè pwofèt Mwen yo okenn mal!”
PSA 105:16 Li te rele gwo grangou rive nan peyi a. Li te kraze sous pen an nèt.
PSA 105:17 Li te voye yon nonm devan yo, Joseph ki te vann kon esklav.
PSA 105:18 Yo te aflije pye li ak chenn. Joseph, pou kont li, te kouche nan fè yo,
PSA 105:19 jiskaske pawòl li te vin acheve. Pawòl SENYÈ a te fè l kanpe dyanm.
PSA 105:20 Wa a te voye lage li. Dirijan a pèp la menm, te bay li libète.
PSA 105:21 Li te fè li mèt lakay li ak chèf sou tout byen li yo,
PSA 105:22 pou mete prens li yo nan prizon lè l te pito, pou l te kab enstwi ansyen sa yo sajès.
PSA 105:23 Israël osi te rive an Égypte. Konsa Jacob te vin demere nan peyi Cham nan.
PSA 105:24 SENYÈ a te fè pèp pa Li vin peple anpil. Li te fè yo vin pifò ke advèsè yo.
PSA 105:25 Li te vire kè yo pou yo rayi pèp Li a, pou yo aji ak gwo mechanste avèk sèvitè Li yo.
PSA 105:26 Li te voye Moïse, sèvitè Li a, avèk Aaron ke Li te chwazi.
PSA 105:27 Yo te fè zèv mèvèy Li yo pami yo, avèk mirak nan peyi Cham yo.
PSA 105:28 Li te voye tenèb e te fè l fènwa. Epi yo pa t fè rebèl kont pawòl Li yo.
PSA 105:29 Li te fè dlo yo devni san e te fè pwason yo mouri.
PSA 105:30 Peyi yo te ranvaye avèk krapo, menm jis rive nan chanm a wa yo.
PSA 105:31 Li te pale e te vin rive yon epidemi mouch yo, ak vèmin nan tout tèritwa yo.
PSA 105:32 Li te bay yo lagrèl pou lapli, avèk dife brile nan peyi yo.
PSA 105:33 Li te frape fè desann tout chan fwi yo e te kraze fann pyebwa nan tèritwa yo.
PSA 105:34 Li te pale e krikèt volan yo te vini. Ak jenn krikèt san kontwòl.
PSA 105:35 Yo te manje tout sa ki te vèt nan peyi yo, e te manje fwi a tèren yo.
PSA 105:36 Anplis, Li te frape touye tout premye ne nan peyi yo, premye fwi a fòs yo.
PSA 105:37 Li te fè yo sòti ak ajan ak lò. Pami pèp Li yo, pa t gen yon grenn ki te tonbe.
PSA 105:38 Égypte te kontan lè yo te sòti, paske laperèz yo te fin tonbe sou yo.
PSA 105:39 Li te louvri yon nwaj kon kouvèti, avèk dife ki pou klere nan nwit lan.
PSA 105:40 Yo te mande e li te pote zòtolan pou te satisfè yo avèk pen syèl la.
PSA 105:41 Li te ouvri wòch la e dlo te sòti ladann. Li te koule kote sèch yo tankou yon rivyè.
PSA 105:42 Li te sonje pawòl sen Li yo avèk Abraham, sèvitè Li a.
PSA 105:43 Konsa, Li te mennen fè sòti pèp Li a avèk jwa, sila ke Li te chwazi avèk gwo kri ak kè kontan yo.
PSA 105:44 Li te bay yo, anplis, peyi a nasyon yo, Pou yo ta pran posesyon a zèv a pèp yo,
PSA 105:45 pou yo te kab kenbe règleman Li yo, e swiv lwa Li yo. Louwe SENYÈ a!
PSA 106:1 Louwe SENYÈ a! O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon, paske lanmou dous Li an se pou tout tan.
PSA 106:2 Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo, Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?
PSA 106:3 A la beni sila ki kenbe jistis yo beni. Beni se sila ki pratike ladwati nan tout tan yo!
PSA 106:4 Sonje mwen, O SENYÈ, nan favè Ou anvè pèp Ou a. Vizite mwen avèk sali Ou,
PSA 106:5 pou m kab wè sila ke Ou te chwazi yo byen reyisi; pou m kab rejwi nan kè kontan a nasyon Ou an, pou m ka bay glwa de eritaj Ou.
PSA 106:6 Nou te peche menm jan ak papa zansèt nou yo. Nou te fè inikite; nou te aji mal.
PSA 106:7 Papa zansèt nou yo an Égypte pa t konprann mèvèy Ou yo. Yo pa t sonje lanmou dous Ou, men yo te fè rebèl bò lanmè a, nan Lanmè Wouj la.
PSA 106:8 Sepandan, Li te sove yo pou koz non Li, pou L te kab fè pwisans Li rekonèt.
PSA 106:9 Konsa, Li te repwoche Lanmè Wouj, e li te vin sèch, Li te mennen yo pase nan fon yo, menm jan yo te pase nan dezè a.
PSA 106:10 Konsa, Li te sove yo depi nan men a sila ki te rayi yo, e te rachte yo soti nan men a lènmi an.
PSA 106:11 Dlo yo te kouvri advèsè yo. Nanpwen nan yo ki te rete.
PSA 106:12 Nan lè sa a, yo te kwè nan pawòl Li yo. Yo te chante lwanj Li.
PSA 106:13 Men byen vit, yo te bliye zèv Li yo. Yo pa t tann konsèy Li,
PSA 106:14 men yo te vin gen gwo anvi nan savann nan, e te pase Bondye a leprèv nan dezè a.
PSA 106:15 Pou sa, Li te ba yo sa yo te mande a, men te voye yon maladi epwizan pami yo.
PSA 106:16 Yo te vin jalou a Moïse nan kan an, ak Aaron, fidèl sen a SENYÈ a.
PSA 106:17 Akòz sa a,tè a te louvri vale Dathan, epi te anglouti tout konpanyen Abiram yo.
PSA 106:18 Konsa, yon gwo dife te vin monte nan mitan konpanyen yo. Flanm nan te manje mechan yo.
PSA 106:19 Yo te fè yon jèn bèf nan Horeb. Yo te adore yon imaj fonn.
PSA 106:20 Yo te fè echanj glwa yo pou imaj a yon bèf ki manje zèb.
PSA 106:21 Yo te bliye Bondye, sovè yo a, ki te fè gwo bagay an Égypte yo,
PSA 106:22 mèvèy nan peyi Cham yo, ak bagay mèvèy bò Lanmè Wouj la.
PSA 106:23 Akoz sa, Li te di Li ta detwi yo, men se te Moïse ki te kanpe nan brèch la devan Li, pou detounen kòlè Li pou l pa t detwi yo.
PSA 106:24 Alò, yo te meprize bèl peyi a. Yo pa t kwè nan pawòl Li,
PSA 106:25 men te plenyen nan tant yo. Yo pa t koute vwa SENYÈ a.
PSA 106:26 Akoz sa, Li te sèmante a yo ke Li ta jete yo nan dezè a,
PSA 106:27 ke Li ta voye desandan yo pami nasyon yo, e gaye yo nan peyi yo.
PSA 106:28 Yo te vin jwenn yo menm, anplis, ak Baal-Peor, pou manje sakrifis ki te ofri a mò yo.
PSA 106:29 Konsa, yo te pwovoke Li a lakòlè ak zèv yo. E yon epidemi te kase vin parèt nan mitan yo.
PSA 106:30 Epi Phinées te kanpe pou te entèsede, epi epidemi an te vin sispann.
PSA 106:31 Sa a te konte a li menm kon ladwati, pou tout jenerasyon yo jis pou tout tan.
PSA 106:32 Anplis, yo te pwovoke Li a lakòlè bò dlo Meriba yo, Jiskaske sa te sòti byen mal pou Moïse sou kont yo.
PSA 106:33 Akoz yo te fè rebèl kont Lespri Li a, Li te pale san reflechi avèk lèv li.
PSA 106:34 Yo pa t detwi lòt pèp yo, jan SENYÈ a te kòmande yo a,
PSA 106:35 men yo te fè melanj ak nasyon yo. Yo te aprann abitid yo.
PSA 106:36 Yo te sèvi zidòl yo, ki te devni yon pèlen pou yo.
PSA 106:37 Se te menm pwòp fi ak fis yo ke yo ofri kon sakrifis a dyab yo.
PSA 106:38 Yo te vèse san inosan, san a pwòp fis ak fi yo, ke yo te bay kon sakrifis a zidòl Canaan yo. Peyi a te kontamine nèt ak san.
PSA 106:39 Konsa, yo te vin pa pwòp nan abitid yo, e te jwe pwostitiye nan zèv yo.
PSA 106:40 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te limen kont pèp Li a. Li te vin rayi eritaj Li a.
PSA 106:41 Konsa, Li te bay yo nan men a nasyon yo, pou sila ki te rayi yo vin renye sou yo.
PSA 106:42 Lènmi yo, anplis, te oprime yo, e yo te oblije soumèt anba pouvwa yo.
PSA 106:43 Anpil fwa, Li te delivre yo. Malgre, yo menm te plen rebelyon nan konsèy yo, e te plonje desann nan inikite yo.
PSA 106:44 Sepandan, Li te gade twoub yo lè Li te tande kri yo.
PSA 106:45 Li te vin sonje akò Li pou koz yo menm, e te vin ralanti selon grandè lanmou dous Li a.
PSA 106:46 Anplis, Li te fè yo resevwa mizerikòd Li, menm nan men a tout nasyon ki te fè yo prizonye yo.
PSA 106:47 Sove nou, O SENYÈ, Bondye nou an. Ranmase nou pami nasyon yo, pou bay remèsiman a non sen Ou an, avèk viktwa ki sòti nan lwanj Ou yo.
PSA 106:48 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, pou tout tan jis pou tout tan. Kite tout pèp la di: “Amen.” Louwe SENYÈ a!
PSA 107:1 O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.
PSA 107:2 Kite rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!” Sila ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,
PSA 107:3 e te ranmase soti nan peyi yo, soti nan lès e soti nan lwès, soti nan nò e soti nan sid.
PSA 107:4 Yo te mache egare nan dezè yo. Yo pa t jwenn yon vil pou yo ta rete.
PSA 107:5 Yo te grangou ak swaf. Nanm yo te fennen anndan yo.
PSA 107:6 Yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran twoub yo, Konsa, Li te delivre yo sòti nan twoub yo.
PSA 107:7 Anplis, Li te mennen yo pa yon chemen dwat, pou rive nan yon vil ki deja etabli ak moun ladann.
PSA 107:8 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
PSA 107:9 Paske Li te satisfè nanm swaf la, e nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.
PSA 107:10 Te gen sila ki te viv nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò yo, Prizonye yo nan mizè ak chenn yo,
PSA 107:11 akoz yo te fè rebèl kont pawòl Bondye a, e te meprize konsèy a Pi Wo a.
PSA 107:12 Akoz sa, Li te imilye kè yo ak travay fòse. Yo te chape tonbe e pa t gen moun ki pou bay yo sekou.
PSA 107:13 Epi nan gwo pwoblèm yo, yo te rele fò a SENYÈ a. Li te delivre yo sòti nan gwo twoub yo.
PSA 107:14 Li te mennen yo sòti nan tenèb la, nan lonbraj lanmò a, e te kase chire kòd li yo.
PSA 107:15 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
PSA 107:16 Paske Li te kraze pòtay an bwonz yo, e te koupe ba fè yo.
PSA 107:17 Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo e akoz inikite yo, yo te aflije.
PSA 107:18 Nanm yo te rayi tout kalite manje e yo te rive toupre pòtay lanmò yo.
PSA 107:19 Konsa yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran mizè yo, e Li te sove yo sòti nan gwo pwoblèm yo.
PSA 107:20 Li te voye pawòl Li pou te geri yo, pou te delivre yo sòti nan destriksyon yo.
PSA 107:21 Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a, ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
PSA 107:22 Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.
PSA 107:23 Sila ki desann bò kote lanmè nan bato yo, ki fè komès sou gwo dlo yo,
PSA 107:24 yo te konn wè zèv SENYÈ yo, avèk mèvèy Li yo nan gran fon an.
PSA 107:25 Paske Li te pale e fè leve yon gwo van tanpèt, ki te fè leve gwo vag lanmè yo.
PSA 107:26 Yo te leve jis rive nan syèl yo e te desann jis rive nan fon yo. Nanm yo te fann avèk mizè.
PSA 107:27 Yo te gaye, bite tankou moun sou. Yo te fin about nèt.
PSA 107:28 Yo te kriye a Bondye nan mizè yo, e Li te mennen yo sòti nan twoub yo.
PSA 107:29 Li te fè tanpèt la vin kalm, jiskaske vag lanmè yo te vin kalm.
PSA 107:30 Konsa, yo te kontan akoz yo te kalme, e Li te gide yo pou rive nan pò ke yo te pito a.
PSA 107:31 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
PSA 107:32 Kite yo leve L wo, anplis, nan asanble a pèp la, e beni Li nan asanble ansyen yo.
PSA 107:33 Li chanje rivyè yo vin tounen dezè, e sous dlo yo an tè deseche.
PSA 107:34 Yon tè fètil vin tounen savann tè sale, akoz mechanste a sila ki rete ladann yo.
PSA 107:35 Li chanje dezè a vin tounen gwo sous dlo, e tè deseche a an sous k ap koule.
PSA 107:36 Epi la, li fè moun grangou yo vin rete, pou yo vin etabli yon vil ki plen moun,
PSA 107:37 pou yo ka plante chan yo, plante chan rezen yo, e ranmase yon gwo rekòlt.
PSA 107:38 Anplis, Li beni yo! Yo miltipliye anpil, e li pa kite bèt chan pa yo bese.
PSA 107:39 Lè yo vin febli, koube nèt, akoz opresyon avèk mizè ak tristès,
PSA 107:40 Li vide wont sou prens yo e fè yo vin mache egare nan yon savann ki san chemen.
PSA 107:41 Men Li fè malere a chita wo ansekirite, byen lwen tout afliksyon, e fè fanmi li yo byen pwoteje kon yon twoupo.
PSA 107:42 Moun dwat yo wè l e yo kontan. Men tout mechan yo fèmen bouch yo.
PSA 107:43 Se kilès ki saj? Kite li bay atansyon a bagay sa yo e konsidere lanmou dous SENYÈ a.
PSA 108:1 Yon chan. Yon Sòm David Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante. Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.
PSA 108:2 Fè leve ap avèk lir! Mwen va fè leve solèy la!
PSA 108:3 Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo. Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.
PSA 108:4 Paske lanmou dous Ou a gran pase syèl yo, e verite Ou rive jis nan syèl yo.
PSA 108:5 Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout tè a.
PSA 108:6 Pou sila ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre. Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!
PSA 108:7 Bondye te pale nan sentete Li a: “Mwen va leve wo, Mwen va divize Sichem, e mezire tout vale Succoth la.
PSA 108:8 Galaad se pou Mwen. Manassé se pa M. Ephraïm se kas sou tèt Mwen. Juda se baton wayal Mwen.
PSA 108:9 Moab se basen lesiv Mwen. Sou Edom, Mwen va jete soulye M. Sou Philistie, Mwen va rele byen fò.”
PSA 108:10 Se kilès ki va mennen M antre nan vil fòtifye a? Kilès ki va mennen M Edom?
PSA 108:11 Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te rejte nou an? Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
PSA 108:12 O bannou sekou kont advèsè a, paske delivrans a lòm se anven.
PSA 108:13 Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan. Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.
PSA 109:1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David O Bondye lwanj mwen an, pa rete an silans!
PSA 109:2 Paske yo te ouvri bouch desepsyon ak mechanste a kont mwen. Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.
PSA 109:3 Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman E yo te goumen kont mwen san koz.
PSA 109:4 An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen; men mwen toujou ap priye.
PSA 109:5 Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak rayisman pou lanmou m.
PSA 109:6 Plase yon nonm mechan sou li e kite yon akizatè kanpe sou men dwat Li.
PSA 109:7 Lè l fin jije, kite li sòti koupab e kite lapriyè li devni peche.
PSA 109:8 Kite jou li yo vin mwens. Kite yon lòt moun pran pozisyon li.
PSA 109:9 Kite pitit li yo rete san papa, e kite madanm li vin vèv.
PSA 109:10 Kite pitit li yo mache egare, e mande nan lari. Kite yo chache yo nan kay kraze a kote yo rete.
PSA 109:11 Kite moun li dwe, sezi tout sa li posede e etranje yo piyaje tout sa li pwodwi.
PSA 109:12 Kite l rive ke nanpwen moun ki pou ofri li lanmou dous, Ni okenn moun ki pou fè gras a òfelen li yo.
PSA 109:13 Kite desandan li yo koupe retire nèt. Nan jenerasyon ki swiv yo, kite non yo efase nèt.
PSA 109:14 Kite inikite a papa zansèt li yo vin sonje devan SENYÈ a, E pa kite peche a manman l yo vin efase.
PSA 109:15 Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou L koupe retire memwa yo sou latè,
PSA 109:16 akoz li pa t sonje montre lanmou dous, men te pèsekite e te aflije malere a, ak sila ki dekouraje nan kè l la, pou l mete yo a lanmò.
PSA 109:17 Anplis, li te renmen bay madichon. Konsa, madichon an te retounen sou li. Li pa t renmen beni. Konsa, sa te rete lwen l.
PSA 109:18 Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman, e sa te fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.
PSA 109:19 Kite sa rive li tankou yon vètman k ap sèvi pou kouvri kò l, paske sentiwon sa a ap toujou mare l.
PSA 109:20 Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo, ak sila ki pale mal kont nanm mwen yo.
PSA 109:21 Men Ou menm, O Bondye, SENYÈ a, aji dousman avè m pou koz a non Ou. Akoz lanmou dous Ou a bon, delivre m,
PSA 109:22 paske mwen aflije e malere. Kè m blese anndan m.
PSA 109:23 Mwen ap pase tankou yon lonbraj ki vin long. Mwen souke retire tankou krikèt volan.
PSA 109:24 Jenou m vin fèb nan fè jèn e chè m vin mèg, san grès.
PSA 109:25 Mwen menm, anplis, te vin yon repwòch a yo menm. Lè yo wè m, yo souke tèt yo.
PSA 109:26 Fè m sekou, O SENYÈ, Bondye mwen an. Sove mwen selon lanmou dous Ou a.
PSA 109:27 Konsa, ya konnen ke sa te fèt pa men Ou, ke se Ou menm, SENYÈ a, ki te fè l.
PSA 109:28 Kite yo menm bay madichon sou mwen, men pou Ou menm, bay benediksyon. Lè yo leve, yo va wont, men sèvitè Ou a va fè kè kontan.
PSA 109:29 Kite akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè. Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont yo tankou se avèk yon manto.
PSA 109:30 Avèk bouch mwen, mwen va bay anpil remèsiman a SENYÈ a. Nan mitan gwo foul la, mwen va louwe Li.
PSA 109:31 Paske Li kanpe kote men dwat malere a pou sove li de men a sila ki jije nanm li yo.
PSA 110:1 Yon Sòm David SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”
PSA 110:2 SENYÈ a va lonje baton wayal Ou a soti nan Sion e di: “Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.
PSA 110:3 Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo. Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an; ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.
PSA 110:4 SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L: “Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”
PSA 110:5 SENYÈ a sou men dwat ou. Li va kraze wa yo nan jou kòlè Li a.
PSA 110:6 Li va jije pami nasyon yo. Li fè gwo pil kadav yo, Li va brize tèt a chèf tout latè a.
PSA 110:7 Li va bwè nan flèv pandan L an wout; konsa, Li va leve tèt Li wo.
PSA 111:1 Louwe SENYÈ a! Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.
PSA 111:2 Gran se zèv a SENYÈ yo! Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.
PSA 111:3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo. Ladwati Li dire jis pou tout tan.
PSA 111:4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt. SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd.
PSA 111:5 Li te bay manje a sila ki gen lakrent Li yo. Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.
PSA 111:6 Li te fè pèp Li wè pouvwa a zèv Li yo, lè L te bay yo nasyon yo kòn eritaj.
PSA 111:7 Zèv men Li yo se verite avèk jistis. Tout prensip Li yo vrè.
PSA 111:8 Yo va andire jis pou tout tan. Yo fèt nan verite avèk ladwati.
PSA 111:9 Li te voye delivrans a pèp Li a. Li te òdone akò Li a jis pou tout tan. Sen e mèvèye, se non Li.
PSA 111:10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!
PSA 112:1 Louwe SENYÈ a! A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni! Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
PSA 112:2 Desandan li yo va pwisan sou latè. Jenerasyon ladwati a va beni.
PSA 112:3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li. Ladwati li dire pou tout tan.
PSA 112:4 Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a; Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.
PSA 112:5 L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete; Li va prezève koz li a nan jijman an.
PSA 112:6 Paske li p ap janm ebranle. Moun dwat la va sonje jis pou tout tan.
PSA 112:7 Li p ap krent move nouvèl. Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.
PSA 112:8 Kè li kanpe dyanm. Li pa pè anyen, jiskaske dènye moman an lè li gade ak kè kontan advèsè li yo.
PSA 112:9 Li te bay ak jenewozite a pòv yo. Ladwati li dire jis pou tout tan. Kòn li va egzalte nan lonè.
PSA 112:10 Mechan an va wè l e l ap vekse nèt. Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt. Dezi a mechan an va peri.
PSA 113:1 Louwe SENYÈ a! Louwe, O sèvitè a SENYÈ yo, Louwe non SENYÈ a.
PSA 113:2 Beni se non SENYÈ a, soti nan tan sa a e jis pou tout tan.
PSA 113:3 Depi solèy leve jiskaske li kouche, non SENYÈ a dwe louwe.
PSA 113:4 SENYÈ a wo, anwo tout nasyon yo! Glwa Li pi wo syèl yo!
PSA 113:5 Se kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an, Ki sou twòn Li anwo a,
PSA 113:6 ki abese tèt Li pou gade tout bagay ki nan syèl yo ak sou latè yo?
PSA 113:7 Li fè malere a leve sòti nan pousyè a e leve endijan an sòti nan pil sann nan,
PSA 113:8 pou fè yo chita avèk prens yo. Menm avèk prens a pèp Li yo.
PSA 113:9 Li fè fanm steril la vin rete nan kay kon yon manman pitit ak kè kontan. Louwe SENYÈ a!
PSA 114:1 Lè Israël te sòti an Égypte, lakay Jacob soti de yon pèp lang etranje,
PSA 114:2 Juda te vin sanktyè Li a, Israël, wayòm Li.
PSA 114:3 Lanmè a te gade e te sove ale. Jourdain an te vire fè bak.
PSA 114:4 Mòn yo te sote tankou belye, kolin yo tankou ti mouton.
PSA 114:5 Sa k pase ou menm, O lanmè, ke ou te sove ale konsa? O Jourdain an, ke Ou te vire fè bak konsa?
PSA 114:6 O mòn yo, ke ou sote tankou belye konsa? O kolin yo, tankou ti mouton konsa?
PSA 114:7 Pran tranble, O latè, devan SENYÈ a, Devan Bondye a Jacob la,
PSA 114:8 Ki te fè wòch la devni yon ma dlo, wòch silèks la yon sous k ap koule.
PSA 115:1 Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou, men pou Non Ou glwa bay, akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.
PSA 115:2 Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo a ye koulye a?”
PSA 115:3 Men Bondye nou an nan syèl yo. Li fè sa Li pito.
PSA 115:4 Zidòl yo se ajan ak lò, zèv men a lòm.
PSA 115:5 Yo gen bouch, men yo pa kab pale. Yo gen zye, men yo pa kab wè.
PSA 115:6 Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande. Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.
PSA 115:7 Yo gen men, men yo pa kab manyen. Yo gen pye, men yo pa kab mache. Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.
PSA 115:8 Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo. Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.
PSA 115:9 O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a! Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
PSA 115:10 O lakay Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a; Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
PSA 115:11 Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a, mete konfyans nou nan SENYÈ a. Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.
PSA 115:12 SENYÈ a te toujou sonje nou. Li va beni nou. Li va beni lakay Israël la. Li va beni lakay Aaron an.
PSA 115:13 Li va beni sila ki krent SENYÈ yo, piti kon gran.
PSA 115:14 Ke SENYÈ a kab fè nou grandi plis, nou menm ak pitit nou yo.
PSA 115:15 Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a, Kreyatè syèl la ak tè a.
PSA 115:16 Syèl yo se Syèl SENYÈ a, Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.
PSA 115:17 Mò yo pa louwe SENYÈ a, ni sila ki desann antre nan silans yo.
PSA 115:18 Men nou va beni SENYÈ a, soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan. Louwe SENYÈ la!
PSA 116:1 Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m, avèk siplikasyon mwen yo.
PSA 116:2 Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m, pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
PSA 116:3 Kòd lanmò yo te antoure m, e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen. Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.
PSA 116:4 Alò, mwen te rele non SENYÈ a. O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!
PSA 116:5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a. Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.
PSA 116:6 SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo. Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
PSA 116:7 Reprann repo ou, O nanm mwen, paske Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.
PSA 116:8 Paske Ou te delivre nanm mwen devan lanmò, zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.
PSA 116:9 Mwen va mache devan SENYÈ a nan peyi moun vivan an.
PSA 116:10 Mwen te kwè, pou sa mwen te di: “Mwen te vrèman aflije.”
PSA 116:11 Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo: “Tout moun se mantè”.
PSA 116:12 Kisa mwen kapab bay a SENYÈ a Pou tout bonte Li anvè mwen?
PSA 116:13 Mwen va leve wo koup sali a, e rele non SENYÈ a.
PSA 116:14 Mwen va peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a. Wi, nan prezans tout pèp Li a!
PSA 116:15 Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.
PSA 116:16 O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou. Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an. Ou fin lache kòd mwen yo.
PSA 116:17 A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman, e va rele sou non SENYÈ a.
PSA 116:18 Mwen va peye ve mwen yo a SENYÈ a. Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!
PSA 116:19 Nan lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm, O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!
PSA 117:1 Louwe SENYÈ a, tout nasyon yo! Selebre Li, tout pèp yo!
PSA 117:2 Paske lanmou dous Li a gran anvè nou. Verite SENYÈ a dire jis pou tout tan. Beni SENYÈ a!
PSA 118:1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon. Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
PSA 118:2 O kite Israël di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan”.
PSA 118:3 O kite lakay Aaron di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”
PSA 118:4 O kite sila ki krent SENYÈ yo di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”
PSA 118:5 Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a; SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.
PSA 118:6 SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè. Kisa lòm kab fè m?
PSA 118:7 SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo; Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.
PSA 118:8 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a, pase pou mete konfyans nan lòm.
PSA 118:9 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a, pase pou mete konfyans nan prens yo.
PSA 118:10 Tout nasyon yo te antoure mwen. Nan non SENYÈ a, mwen te anverite, koupe retire yo nèt.
PSA 118:11 Yo te antoure mwen, wi, yo te antoure mwen. Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.
PSA 118:12 Yo te antoure mwen tankou myèl. Yo te efase nèt tankou dife nan bwa pikan. Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.
PSA 118:13 Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe, Men SENYÈ a te fè m sekou.
PSA 118:14 SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen. Li te vin sali mwen.
PSA 118:15 Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo. Men dwat a SENYÈ a se vanyan!
PSA 118:16 Men dwat a SENYÈ a leve wo! Men dwat a SENYÈ a se vanyan!
PSA 118:17 Mwen p ap mouri, men m ap viv, e mwen va pale sou zèv a SENYÈ yo.
PSA 118:18 SENYÈ a te korije m ak severite, men Li pa t lage mwen a lanmò.
PSA 118:19 Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen. Mwen va antre nan yo. Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a.
PSA 118:20 Sa se pòtay SENYÈ a. Moun ladwati yo va antre ladann.
PSA 118:21 Mwen va bay Ou remèsiman, paske Ou te reponn mwen, e Ou te vin sali mwen.
PSA 118:22 Wòch ke sila ki t ap bati yo te refize a, gen tan vini wòch ang prensipal la.
PSA 118:23 Sa fèt pa SENYÈ a. Li se yon mèvèy nan zye nou.
PSA 118:24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè. Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.
PSA 118:25 O SENYÈ, sove nou koulye a, nou sipliye Ou! O SENYÈ, nou sipliye Ou, voye abondans!
PSA 118:26 Beni se sila ki vini nan non SENYÈ a! Nou te beni Ou depi lakay SENYÈ a.
PSA 118:27 SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou limyè. Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo.
PSA 118:28 Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman; Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.
PSA 118:29 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon! Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
PSA 119:1 ALÈPH. A la beni se sila ak chemen ki san fot yo, ki mache nan lalwa SENYÈ a.
PSA 119:2 A la beni se sila ki kenbe temwayaj Li yo, Ki chache Li ak tout kè yo.
PSA 119:3 Ki pa fè okenn inikite. Yo mache nan chemen Li yo.
PSA 119:4 Ou te òdone règleman Ou yo, pou nou ta kenbe yo ak dilijans.
PSA 119:5 O ke chemen mwen yo kapab vin etabli pou kenbe règleman Ou yo!
PSA 119:6 Konsa, mwen p ap vin desi lè m gade kòmandman Ou yo.
PSA 119:7 Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat, lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.
PSA 119:8 Mwen va kenbe règleman Ou yo. Pa abandone m nèt! BETH
PSA 119:9 Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot? Nan kenbe li selon pawòl Ou.
PSA 119:10 Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou. Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
PSA 119:11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m, pou m pa t peche kont Ou.
PSA 119:12 Beni se Ou menm SENYÈ a. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
PSA 119:13 Avèk lèv mwen, mwen te pale selon tout òdonans bouch Ou yo.
PSA 119:14 Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo, konsi se nan tout richès yo.
PSA 119:15 Mwen va reflechi sou règleman Ou yo, e okipe chemen Ou yo.
PSA 119:16 Mwen va rejwi nan lòd Ou yo. Mwen p ap bliye pawòl Ou. GIMEL
PSA 119:17 Aji ak gras avèk sèvitè Ou a, pou m kab viv e kenbe pawòl Ou.
PSA 119:18 Ouvri zye m pou m kab wè bèl bagay nan lalwa Ou yo.
PSA 119:19 Mwen se yon etranje sou latè. Pa kache kòmandman Ou yo de mwen.
PSA 119:20 Nanm mwen kraze ak anvi pou òdonans Ou yo tout tan.
PSA 119:21 Ou repwoche ògeye yo, moun madichonnen yo, k ap egare kite kòmandman Ou yo.
PSA 119:22 Retire repwòch ak mepri a sou mwen, paske mwen obsève temwayaj Ou yo.
PSA 119:23 Malgre prens yo vin chita pou pale kont mwen, Sèvitè Ou va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.
PSA 119:24 Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo. DALETH
PSA 119:25 Nanm mwen kole rèd nan pousyè a. Fè m leve selon pawòl Ou.
PSA 119:26 Mwen te pale sou chemen mwen yo, e Ou te reponn mwen. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
PSA 119:27 Fè m konprann chemen òdonans Ou yo, pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo.
PSA 119:28 Nanm mwen ap kriye akoz doulè. Ban m fòs selon pawòl Ou a.
PSA 119:29 Retire sou mwen fo chemen an e ban mwen gras nan lalwa Ou a.
PSA 119:30 Mwen te chwazi chemen fidèl Ou a. Mwen te mete òdonans Ou yo devan m.
PSA 119:31 Mwen kole rèd de temwayaj Ou yo. O SENYÈ, pa fè m desi.
PSA 119:32 Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo, paske Ou va fè kè m vin grandi. HE
PSA 119:33 Enstwi mwen, O SENYÈ, nan chemen règleman Ou yo e mwen va obsève li jiska lafen.
PSA 119:34 Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou. Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.
PSA 119:35 Fè m mache nan pa kòmandman Ou yo, paske sa fè kè m kontan.
PSA 119:36 Enkline kè m a temwayaj Ou yo, e pa nan ranmase richès malonèt.
PSA 119:37 Vire zye m pou yo pa gade vanite e fè m reprann mwen nan chemen Ou yo.
PSA 119:38 Etabli pawòl Ou a Sèvitè Ou a, kon sila ki gen lakrent Ou.
PSA 119:39 Detounen lwen m repwòch Ou ke mwen krent anpil, paske òdonans Ou yo bon.
PSA 119:40 Gade byen, mwen gen anpil anvi pou òdonans Ou yo! Fè m remonte nan ladwati Ou. VAV
PSA 119:41 Anplis, ke lanmou dous Ou a kapab rive kote mwen, O SENYÈ, sali Ou a selon pawòl Ou.
PSA 119:42 Pou m kab genyen yon repons pou sila ki repwoche m nan, paske mwen mete konfyans mwen nan pawòl Ou.
PSA 119:43 Pa retire pawòl verite a pou l ta kite bouch mwen nèt, Paske se òdonans Ou yo ke m ap tann.
PSA 119:44 Konsa, mwen va kenbe lalwa Ou tout tan nèt, pou tout tan e pou tout tan.
PSA 119:45 Epi mwen va mache nan libète, paske se òdonans Ou ke m chache.
PSA 119:46 Anplis, mwen va pale sou temwayaj Ou yo devan wa yo, e mwen p ap desi.
PSA 119:47 Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo, ke mwen tèlman renmen.
PSA 119:48 Mwen va lonje men m vè kòmandman Ou yo ke m tèlman renmen. Mwen va reflechi tout tan sou règleman Ou yo. ZAYIN
PSA 119:49 Sonje pawòl a sèvitè Ou a. Se nan li Ou te fè m gen espwa a.
PSA 119:50 Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an, paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.
PSA 119:51 Moun awogan yo meprize m nèt, men mwen pa vire kite lalwa Ou.
PSA 119:52 Mwen te sonje òdonans Ou yo depi nan tan ansyen, O SENYÈ, e yo rekonfòte mwen.
PSA 119:53 Chalè endiyasyon gen tan pran m akoz mechan yo, ki abandone lalwa Ou.
PSA 119:54 Règleman Ou yo se chanson mwen nan kay kote m demere.
PSA 119:55 O SENYÈ, Mwen sonje non Ou nan lannwit e mwen kenbe lalwa Ou.
PSA 119:56 Se sa ki chemen m, mwen kenbe tout òdonans Ou yo. HETH
PSA 119:57 Se SENYÈ a ki pòsyon mwen. Mwen te fè pwomès pou kenbe pawòl Ou yo.
PSA 119:58 Mwen te chache favè Ou ak tout kè m. Fè m gras selon pawòl Ou.
PSA 119:59 Mwen te konsidere chemen mwen yo, e te vire pye m vè temwayaj Ou yo.
PSA 119:60 Mwen te fè vit e mwen pa t fè reta pou obeyi kòmandman Ou yo.
PSA 119:61 Kòd a mechan yo te antoure m, men mwen pa t bliye lalwa Ou.
PSA 119:62 A minwi, mwen va leve bay Ou remèsiman, akoz òdonans dwat Ou yo.
PSA 119:63 Mwen se zanmi parèy a tout sila ki gen lakrent Ou yo ak sila ki swiv règleman Ou yo.
PSA 119:64 Latè ranpli ak lanmou dous Ou a, O SENYÈ. Enstwi m règleman Ou yo. TETH
PSA 119:65 Ou te aji ak sèvitè Ou a, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
PSA 119:66 Enstwi mwen pou m sèvi bon jijman ak konesans, Paske mwen kwè nan kòmandman Ou yo.
PSA 119:67 Avan mwen te aflije, mwen te mache nan wout egare, men koulye a, mwen swiv pawòl Ou.
PSA 119:68 Ou bon e Ou fè sa ki bon. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
PSA 119:69 Awogan yo te fòje yon manti kont mwen. Avèk tout kè m, mwen va obsève tout òdonans Ou yo.
PSA 119:70 Kè yo rèd, kouvri ak grès, men mwen pran plezi nan lalwa Ou.
PSA 119:71 Li bon pou mwen ke m te aflije, pou m te kab aprann règleman Ou yo.
PSA 119:72 Lalwa bouch Ou pi bon pou mwen, pase pyès lò ak ajan pa milye. YODH
PSA 119:73 Men Ou te fè m e te fòme mwen. Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.
PSA 119:74 Ke sila ki krent Ou yo kapab wè m e fè kè kontan. Paske mwen mete espwa m pawòl Ou yo.
PSA 119:75 Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat, ke se nan fidelite, Ou te aflije mwen.
PSA 119:76 O ke lanmou dous Ou a kapab konsole mwen, Selon pawòl Ou a sèvitè Ou a.
PSA 119:77 Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv, paske lalwa Ou se plezi mwen.
PSA 119:78 Ke awogan yo kapab vin desi, paske yo desann mwen, ranvèse mwen ak manti. Men mwen va reflechi tout tan sou òdonans Ou yo.
PSA 119:79 Ke sila ki krent Ou yo kapab vire kote mwen. Yo va konnen règleman Ou yo.
PSA 119:80 Ke kè m kapab san tò nan règleman Ou yo, pou m pa vin desi. KAPH
PSA 119:81 Nanm mwen fè gwo anvi pou sali Ou. Se pawòl Ou m ap tann.
PSA 119:82 Zye m vin ba ak anvi pawòl Ou, pandan m ap di: “Kilè W ap vin konsole mwen?”
PSA 119:83 Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen, Mwen pa bliye règleman Ou yo.
PSA 119:84 Konbyen jou sèvitè Ou gen? Se kilè Ou va pase jijman sou sila ki pèsekite mwen yo?
PSA 119:85 Awogan yo fin fouye fòs yo pou mwen, Sila ki pa an akò ak lalwa Ou yo.
PSA 119:86 Tout kòmandman Ou yo fidèl. Se ak manti yo te pèsekite mwen. Fè m sekou!
PSA 119:87 Yo te prèske fin detwi m sou latè, Men pou mwen, mwen pa t kite òdonans Ou yo.
PSA 119:88 Fè m reprann mwen selon lanmou dous Ou a, Pou m kab kenbe temwayaj a bouch Ou yo. LAMEDH
PSA 119:89 Jis pou tout tan, O SENYÈ, pawòl Ou fin etabli nan syèl la.
PSA 119:90 Fidelite Ou pandan tout jenerasyon yo. Ou te etabli tè a e li vin kanpe nèt.
PSA 119:91 Yo kanpe nan jou sa a selon lòd Ou. Paske tout bagay se sèvitè Ou.
PSA 119:92 Si lalwa Ou pa t plezi mwen, mwen t ap gen tan peri nan mizè mwen an.
PSA 119:93 Mwen p ap janm bliye òdonans Ou yo, Paske se avèk yo menm ke Ou fè m reprann fòs.
PSA 119:94 Se pa W mwen ye. Fè m sekou! Paske mwen te chache òdonans Ou yo.
PSA 119:95 Mechan yo ap tann mwen pou detwi m. Se ak dilijans ke mwen konsidere temwayaj Ou yo.
PSA 119:96 Mwen gen tan fin wè lizyè a tout pèfèksyon, men kòmandman Ou an vrèman vast. MEM
PSA 119:97 O! A la mwen renmen lalwa Ou a! Se sou li ke m reflechi tout lajounen.
PSA 119:98 Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo, Paske yo toujou pou mwen.
PSA 119:99 Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo, Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.
PSA 119:100 Mwen gen konprann plis pase granmoun yo, akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.
PSA 119:101 Mwen te anpeche pye m antre nan tout wout ki gen mechanste, Pou m te kab kenbe pawòl Ou.
PSA 119:102 Mwen pa t vire kite règleman Ou yo, paske se Ou menm ki te enstwi m.
PSA 119:103 A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen! Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!
PSA 119:104 Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann. Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo. NUN
PSA 119:105 Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e yon limyè nan pa pye mwen.
PSA 119:106 Mwen te sèmante e mwen va konfime sa, Ke m va kenbe òdonans Ou yo.
PSA 119:107 Mwen vin aflije anpil, anpil; fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
PSA 119:108 O aksepte ofrann bòn volonte a bouch mwen an, O SENYÈ, enstwi mwen nan òdonans Ou yo.
PSA 119:109 Lavi m tout tan nan men m, malgre, mwen pa bliye lalwa Ou a.
PSA 119:110 Mechan yo te poze yon pèlen pou mwen, malgre, mwen pa t varye soti nan òdonans Ou yo.
PSA 119:111 Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan, paske se yo ki lajwa kè m.
PSA 119:112 Mwen te enkline kè m pou fè règleman Ou yo jis pou tout tan, jiska lafen. SAMEKH
PSA 119:113 Mwen rayi moun ki gen de fas, men mwen renmen lalwa Ou a.
PSA 119:114 Ou se kote a pou m kache a ak boukliye mwen, Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.
PSA 119:115 Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv kòmandman a Bondye mwen yo.
PSA 119:116 Soutni mwen selon pawòl Ou, pou m kab viv. Pa kite mwen vin wont nan espwa mwen.
PSA 119:117 Kenbe mwen pou m kab jwenn sekou, pou m gen konsiderasyon pou règleman Ou yo tout tan.
PSA 119:118 Ou te rejte tout sila ki te egare kite règleman Ou yo, paske sediksyon yo a pa reyisi.
PSA 119:119 Ou te fè tout mechan sou latè yo disparèt tankou kim initil. Pou sa, mwen renmen temwayaj Ou yo.
PSA 119:120 Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo. AYIN
PSA 119:121 Mwen te fè sa ki jis e dwat. Pa kite mwen nan men opresè mwen yo.
PSA 119:122 Aji kon soutyen pou bonte a sèvitè Ou a. Pa kite awogan yo oprime mwen.
PSA 119:123 Zye m bese ak anvi wè delivrans Ou, avèk pawòl ladwati Ou.
PSA 119:124 Aji avèk sèvitè Ou selon lanmou dous Ou a e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
PSA 119:125 Mwen se sèvitè Ou. Fè m konprann pou m konnen temwayaj Ou yo.
PSA 119:126 Se lè pou Ou aji, SENYÈ, paske yo te vyole lalwa Ou a.
PSA 119:127 Pou sa, mwen renmen kòmandman Ou yo, plis pase lò, wi plis pase lò fen.
PSA 119:128 Pou sa, mwen konsidere byen tout òdonans Ou yo selon tout bagay. Mwen rayi tout sa ki fo. PE
PSA 119:129 Temwayaj Ou yo mèvèye. Akoz sa, nanm mwen toujou swiv yo.
PSA 119:130 Lè pawòl Ou antre, li bay limyè. Li bay bon konprann a sila ki senp yo.
PSA 119:131 Mwen te louvri bouch mwen byen laj e te rale souf mwen byen vit. Se konsa mwen te gen anvi pou kòmandman Ou yo.
PSA 119:132 Vire kote mwen e fè m gras, menm jan ke Ou konn fè ak sila ki renmen non Ou yo.
PSA 119:133 Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou, e pa kite inikite vin domine sou mwen.
PSA 119:134 Rachte mwen anba opresyon a lòm, pou m kab kenbe òdonans Ou yo.
PSA 119:135 Fè figi Ou klere sou sèvitè Ou a, e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
PSA 119:136 Se rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m, akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a. TZADHE
PSA 119:137 Oudwat, O SENYÈ e jis se jijman Ou yo.
PSA 119:138 Ou te kòmande tout temwayaj Ou yo ak ladwati. Yo fidèl nèt.
PSA 119:139 Zèl mwen fin manje m nèt, akoz advèsè mwen yo te bliye pawòl Ou yo.
PSA 119:140 Pawòl Ou san tach; akoz sa, sèvitè Ou a renmen yo anpil.
PSA 119:141 Mwen vin piti e meprize. Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.
PSA 119:142 Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.
PSA 119:143 Twoub ak doulè gen tan rive sou mwen. Malgre kòmandman Ou yo se plezi mwen.
PSA 119:144 Temwayaj Ou yo dwat jis pou tout tan. Ban mwen bon konprann pou m kab viv. QOPH
PSA 119:145 Mwen te kriye ak tout kè mwen. Reponn mwen, O SENYÈ! Mwen va swiv tout règleman Ou yo.
PSA 119:146 Mwen te kriye a Ou menm. Sove mwen! Mwen va obeyi tout regleman Ou yo.
PSA 119:147 Mwen leve avan solèy leve pou kriye pou sekou. Mwen ap tann pawòl Ou yo.
PSA 119:148 Zye m rete ouvè pandan vèy lanwit lan, konsa, pou m kab reflechi san rete sou pawòl Ou.
PSA 119:149 Tande vwa m selon lanmou dous Ou a. Fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon règleman Ou yo.
PSA 119:150 Sila ki swiv mechanste yo apwoche. Yo lwen lalwa Ou a.
PSA 119:151 Ou toupre, O SENYÈ e tout kòmandman Ou yo se verite.
PSA 119:152 Depi nan tan ansyen yo, mwen te konnen de temwayaj Ou yo, ke Ou te etabli yo jis pou tout tan yo. RESH
PSA 119:153 Gade sou afliksyon mwen an e delivre m, paske mwen pa bliye lalwa Ou a.
PSA 119:154 Plede kòz mwen e rachte mwen! Fè m reprann fòs mwen selon pawòl Ou.
PSA 119:155 Sali a lwen mechan yo, paske yo pa chache règleman pa W yo.
PSA 119:156 Gran se mizerikòd Ou yo, O SENYÈ. Fè m reprann fòs mwen selon òdonans Ou yo.
PSA 119:157 Anpil se pèsekitè mwen yo, ak advèsè mwen yo. Malgre mwen pa vire kite temwayaj Ou yo.
PSA 119:158 Mwen gade moun trèt yo e mwen rayi yo nèt, akoz yo pa kenbe pawòl Ou.
PSA 119:159 Konsidere jan mwen renmen òdonans Ou yo. Fè m reprann fòs, O SENYÈ, selon lanmou dous Ou a.
PSA 119:160 Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan. SIN AK SHIN
PSA 119:161 Prens yo pèsekite mwen san koz, men kè m kanpe etone devan pawòl Ou yo.
PSA 119:162 Mwen rejwi nan pawòl Ou kon yon moun ki jwenn gwo piyaj.
PSA 119:163 Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo. Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.
PSA 119:164 Sèt fwa pa jou mwen louwe Ou, akoz òdonans dwat Ou yo.
PSA 119:165 Sila ki renmen lalwa Ou yo gen gwo lapè. Pa gen anyen pou ta fè yo chite.
PSA 119:166 Mwen espere gen Sali Ou, O SENYÈ. Mwen te fè kòmandman Ou yo.
PSA 119:167 Nanm mwen kenbe temwayaj Ou yo. Mwen renmen yo anpil anpil.
PSA 119:168 Mwen kenbe òdonans Ou yo avèk temwayaj Ou yo, Paske se tout chemen mwen yo ki devan Ou. TAV
PSA 119:169 Kite kri mwen vini devan Ou, O SENYÈ. Ban mwen konesans selon pawòl Ou.
PSA 119:170 Kite siplikasyon mwen yo parèt devan Ou. Delivre mwen selon pawòl Ou.
PSA 119:171 Kite lèv mwen eksprime lwanj, paske Ou enstwi mwen nan règleman Ou yo.
PSA 119:172 Kite lang mwen chante de pawòl Ou, paske tout kòmandman Ou yo dwat.
PSA 119:173 Kite men Ou parèt pou fè m sekou, paske mwen te chwazi òdonans Ou yo.
PSA 119:174 Mwen anvi wè delivrans Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou se gran plezi mwen.
PSA 119:175 Kite nanm mwen viv pou l kapab louwe Ou. Kite òdonans Ou yo ban m sekou.
PSA 119:176 Mwen te vin egare tankou yon mouton pèdi. Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.
PSA 120:1 Yon chanson pou monte vè tanp lan Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. Li te reponn mwen.
PSA 120:2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon, de lang ki plen manti yo.
PSA 120:3 Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O lang mansonjè?
PSA 120:4 Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.
PSA 120:5 Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec, Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!
PSA 120:6 Nanm mwen gen demè li avèk sila ki rayi lapè yo pandan twòp tan.
PSA 120:7 Mwen vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.
PSA 121:1 Yon Sòm pou monte vè tanp lan Mwen leve zye m vè mòn yo. Se kibò sekou mwen va sòti?
PSA 121:2 Sekou m sòti nan SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.
PSA 121:3 Li p ap kite pye ou chape. Sila ki kenbe Israël la p ap kabicha, ni dòmi.
PSA 121:4 Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.
PSA 121:5 SENYÈ a se gadyen ou. SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.
PSA 121:6 Solèy p ap frape ou lajounen, ni lalin pandan lannwit.
PSA 121:7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal. Li va kenbe nanm ou.
PSA 121:8 Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.
PSA 122:1 Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David. Mwen te kontan lè yo te di mwen, “Annou ale lakay SENYÈ a.”
PSA 122:2 Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!
PSA 122:3 Jérusalem, ki bati kon yon vil ki kole dyanm ansanm,
PSA 122:4 sou sila, tribi yo konn monte, menm tribi a SENYÈ yo, yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.
PSA 122:5 Paske la, twòn yo te plase pou jijman, twòn lakay David yo.
PSA 122:6 Priye pou lapè Jérusalem. Sila ki renmen ou yo va pwospere.
PSA 122:7 Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan palè ou yo.
PSA 122:8 Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a, “Ke lapè anndan ou”.
PSA 122:9 Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.
PSA 123:1 Yon chan pou monte vè tanp lan. A Ou menm, mwen leve zye mwen, O Ou menm ki chita sou twòn Ou nan syèl la!
PSA 123:2 Men gade, jan zye a sèvitè yo rete sou men a mèt yo, Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li, Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras.
PSA 123:3 Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras, paske nou ranpli ak mepriz.
PSA 123:4 Nanm nou ranpli ak ensilt a sila ki alèz yo, avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.
PSA 124:1 Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David. Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, kite Israël di koulye a,
PSA 124:2 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, lè lèzòm te leve kont nou yo,
PSA 124:3 Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan, lè kòlè yo te limen kont nou an.
PSA 124:4 Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt. Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.
PSA 124:5 Nan lè sa a, dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou.
PSA 124:6 Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou chire nan dan yo.
PSA 124:7 Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo ki sòti nan pèlen a moun k ap fè lachas yo. Pèlen an fin kase e nou chape.
PSA 124:8 Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.
PSA 125:1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.
PSA 125:2 Kon mòn antoure Jérusalem yo, se konsa SENYÈ a antoure pèp Li a depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.
PSA 125:3 Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo, jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal.
PSA 125:4 Fè byen, SENYÈ, a sila ki bon yo, ak sila ki dwat nan kè yo.
PSA 125:5 Men pou sila ki vire akote pou chemen kwochi pa yo, SENYÈ a va mennen yo sòti avèk sila ki fè inikite yo. Ke lapè rete sou Israël.
PSA 126:1 Yon chan pou monte vè tanp lan Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, nou te tankou sila ki fè rèv yo.
PSA 126:2 Nan lè sa a, bouch nou te plen ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa. Konsa, yo te di pami nasyon yo: “SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”
PSA 126:3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou. Nou kontan.
PSA 126:4 Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ, kon rivyè nan dezè a.
PSA 126:5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.
PSA 126:6 Sila ki soti ap kriye akoz chaj makout semans lan. Men l ap retounen ankò ak kri lajwa, akoz chaj pakèt rekòlt l ap pote a.
PSA 127:1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon. Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la, sila ki bati li yo, travay anven. Amwenske SENYÈ a veye pòtay la, gadyen an rete zye louvri anven.
PSA 127:2 Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta, pou manje pen a travay di yo, paske se domi Li bay a moun li renmen.
PSA 127:3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a. Fwi a vant la se yon rekonpans.
PSA 127:4 Tankou flèch nan men a yon gèrye, Se konsa pitit a jèn yo ye.
PSA 127:5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo. Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
PSA 128:1 Yon chan pou monte vè tanp lan. A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo, ki mache nan chemen Li yo.
PSA 128:2 Lè ou manje nan fwi a men ou yo, ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
PSA 128:3 Madanm ou ap tankou yon chan rezen ki bay anpil rezen lakay ou. Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
PSA 128:4 Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.
PSA 128:5 Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion; ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!
PSA 128:6 Wi, pou ou ka wè pitit a pitit ou yo! Ke lapè rete sou Israël!
PSA 129:1 Yon chan pou monte vè tanp lan. “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen. Kite Israël di koulye a:
PSA 129:2 “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen, men yo pa janm reyisi kont mwen.
PSA 129:3 Labourè yo te laboure chan yo sou do m. Yo fè tranch tè yo vin pi long.”
PSA 129:4 SENYÈ a dwat. Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout.
PSA 129:5 Ke tout sila ki rayi Sion yo vin wont! Ke yo retounen fè bak menm.
PSA 129:6 Kite yo vin tankou zèb sou kay la; zèb ki fennen avan li grandi,
PSA 129:7 jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l, oubyen sila ki mare pote pake a, pa p ka plen lestomak li.
PSA 129:8 Ni sila ki pase yo, p ap di: “Ke benediksyon SENYÈ a rete avèk ou. Nou beni ou nan non SENYÈ a.”
PSA 130:1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.
PSA 130:2 SENYÈ, koute vwa mwen! Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.
PSA 130:3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo, O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?
PSA 130:4 Men avèk Ou menm, gen padon, pou moun ta gen reverans Ou.
PSA 130:5 Mwen tann SENYÈ a. Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li, mwen mete espwa m.
PSA 130:6 Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis pase gadyen k ap tann maten rive a. Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.
PSA 130:7 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a. Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd. Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.
PSA 130:8 Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.
PSA 131:1 Yon chan pou monte vè tanp lan. O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans. Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè, ni nan sa ki twò wo pou mwen.
PSA 131:2 Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen. Menm jan ke yon pitit poze sou manman l, anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre.
PSA 131:3 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a depi koulye a e jis rive pou tout tan.
PSA 132:1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak tout soufrans li an,
PSA 132:2 jan li te sèmante a SENYÈ a, e te fè ve a Toupwisan a Jacob la:
PSA 132:3 Anverite, mwen p ap antre lakay mwen, ni kouche sou kabann mwen;
PSA 132:4 mwen p ap kite zye m dòmi, ni pòpyè zye m fèmen,
PSA 132:5 jiskaske m jwenn yon kote pou SENYÈ a, yon abitasyon pou Toupwisan a Jacob la.
PSA 132:6 Men koute, nou te tande koze sa a nan Éphrata, nou te twouve l nan plèn Jaar a.
PSA 132:7 Annou antre nan abitasyon Li a. Annou fè adorasyon kote machpye twòn Li an ye a.
PSA 132:8 Leve, O SENYÈ, vini nan plas repo Ou a, Ou menm avèk lach fòs Ou.
PSA 132:9 Kite prèt Ou yo abiye nan ladwati, e kite fidèl Ou yo chante ak lajwa.
PSA 132:10 Pou koz David, sèvitè Ou a, pa vire fas kont onksyone Ou a.
PSA 132:11 SENYÈ a te sèmante a David anverite. Sou sila Li p ap fè bak: “Nan fwi a kò Ou, mwen va etabli sou twòn Ou.
PSA 132:12 Si fis ou yo kenbe akò Mwen ak temwayaj ke Mwen va enstwi yo, fis pa yo tou va chita sou twòn Ou an jis pou tout tan.”
PSA 132:13 Paske SENYÈ a te chwazi Sion. Li te vle l pou abitasyon Li.
PSA 132:14 “Sa se plas repo Mwen, jis pou tout tan. Isit la Mwen va rete, paske Mwen te vle sa.
PSA 132:15 Mwen va beni pwovizyon li ak abondans. Mwen va satisfè malere li yo ak pen.
PSA 132:16 Anplis, Mwen va abiye prèt li yo ak Sali, e fidèl li yo va chante byen fò ak lajwa.
PSA 132:17 La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt. Mwen te prepare yon lanp pou onksyone pa M nan.
PSA 132:18 Lènmi li yo, Mwen va abiye yo ak wont. Men sou li menm, kouwòn li an va briye.”
PSA 133:1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Gade byen, a la bon e agreyab pou frè yo viv ak tèt ansanm!
PSA 133:2 Se tankou lwil presye ki koule sou tèt, vin desann jis sou bab, menm bab Aaron, vin desann rive sou kote vètman li.
PSA 133:3 Se tankou lawouze Mòn Hermon ki vin desann sou mòn Sion nan; paske la, SENYÈ a te kòmande benediksyon an——lavi jis pou tout tan.
PSA 134:1 Yon chan pou monte vè tanp lan. Gade byen! Beni SENYÈ a, tout sèvitè SENYÈ yo, Ki sèvi pandan lannwit lakay SENYÈ a!
PSA 134:2 Leve men nou vè sanktyè a, e beni SENYÈ a.
PSA 134:3 Ke SENYÈ a beni ou soti nan Sion, Sila ki te fè syèl la avèk tè a.
PSA 135:1 Beni SENYÈ a! Beni non SENYÈ a! Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo,
PSA 135:2 nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a, nan lakou lakay SENYÈ nou an!
PSA 135:3 Beni SENYÈ a, paske SENYÈ a bon. Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.
PSA 135:4 Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm, Israël pou pwòp posesyon pa Li.
PSA 135:5 Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran, e ke SENYÈ nou an pi wo ke tout dye yo.
PSA 135:6 Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l, nan syèl la oswa sou tè a, nan lanmè yo ak nan tout fon yo.
PSA 135:7 Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo. Ki fè rive loray avèk lapli yo, ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.
PSA 135:8 Li te frape premye ne Égypte yo, ni lòm, ni bèt.
PSA 135:9 Li te voye sign ak mèvèy nan mitan nou, O Égypte, sou Farawon avèk tout sèvitè Li yo.
PSA 135:10 Li te frape anpil nasyon, e te detwi wa pwisan yo,
PSA 135:11 Sihon, wa Amoreyen yo, Og, wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.
PSA 135:12 Epi Li te bay yo peyi yo kon eritaj, yon eritaj a Israël, pèp Li a.
PSA 135:13 Non Ou, O SENYÈ, dire jis pou tout tan, Memwa Ou, O SENYÈ, pou tout jenerasyon yo.
PSA 135:14 Paske SENYÈ a va jije pèp Li a, e va gen konpasyon pou sèvitè Li yo.
PSA 135:15 Zidòl a nasyon yo pa anyen sof ke ajan ak lò, zèv a men a lòm.
PSA 135:16 Yo gen bouch, men yo pa pale. Yo gen zye, men yo pa wè.
PSA 135:17 Yo gen zòrèy, men yo pa tande, ni nanpwen souf nan bouch yo.
PSA 135:18 Sila ki fè yo va vin tankou yo. Wi, tout sila ki mete konfyans nan yo.
PSA 135:19 O lakay Israël, beni SENYÈ a! O lakay Aaron, Beni SENYÈ a!
PSA 135:20 O lakay Lévi, beni SENYÈ a! Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a!
PSA 135:21 Ke SENYÈ a beni soti nan Sion, Sila ki abite Jérusalem nan, Beni SENYÈ a!
PSA 136:1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
PSA 136:2 Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
PSA 136:3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo, paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:4 A Sila sèl ki fè gwo mèvèy yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:5 A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:6 a Sila ki te ranje tè a anwo dlo yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:7 a Sila ki te fè gran limyè yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:8 solèy ki pou domine lajounen an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:9 Lalin ak zetwal pou domine lannwit, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:10 A Sila ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:11 ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:12 Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:13 a Sila ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:14 ki te fè Israël pase nan mitan li, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:15 men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:16 a Sila ki te mennen pèp Li a nan dezè a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:17 a Sila ki te frape gran wa yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:18 ki te touye wa pwisan yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:19 Sihon, wa Amoreyen an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:20 ak Og, wa Basan an, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:21 e te bay peyi yo kon eritaj, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:22 menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:23 ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:24 epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
PSA 136:25 ki bay manje a tout chè, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
PSA 136:26 Bay remèsiman a Bondye syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
PSA 137:1 Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita. Nou te kriye, lè nou te sonje Sion.
PSA 137:2 Sou pye sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.
PSA 137:3 Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo, e bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di: “Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”
PSA 137:4 Kijan pou nou ta chante chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?
PSA 137:5 Si mwen ta bliye ou, O Jérusalem, kite men dwat mwen bliye kapasite li.
PSA 137:6 Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen, Si m pa ta sonje ou, si m pa ta leve Jérusalem wo, pi wo ke pi gwo plezi m yo.
PSA 137:7 Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan, ke yo te di: “Raze l nèt! Raze l jis rive nan fondasyon li.”
PSA 137:8 O fi a Babylone nan, Ou menm ki te devaste nou an, A la beni sila ki rekonpanse ou ak menm rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!
PSA 137:9 A la beni sila ki sezi pitit ou yo, e ki kraze yo nan wòch la va beni!
PSA 138:1 Yon Sòm David Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m. Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.
PSA 138:2 Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a, e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a; Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.
PSA 138:3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen. Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.
PSA 138:4 Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.
PSA 138:5 Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a, paske gran se glwa SENYÈ a.
PSA 138:6 Paske malgre SENYÈ a egzalte, Li toujou okipe sila ki ba yo. Men moun ki ògeye yo, Li rekonèt yo de lwen.
PSA 138:7 Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub, Ou va fè m reprann mwen. Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo. Men dwat Ou va sove mwen.
PSA 138:8 SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an. Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan. Pa abandone zèv men Ou yo.
PSA 139:1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.
PSA 139:2 Ou konnen lè m chita ak lè m leve. Ou konprann panse mwen yo de lwen.
PSA 139:3 Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.
PSA 139:4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen, Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.
PSA 139:5 Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e Ou te poze men Ou sou mwen.
PSA 139:6 Konesans konsa twò mèvèye pou mwen. Li twò wo. Mwen pa kab rive kote l.
PSA 139:7 Kibò mwen kab ale kite lespri Ou? Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?
PSA 139:8 Si mwen monte nan syèl la, Ou la. Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.
PSA 139:9 Si mwen pran zèl nan maten, si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,
PSA 139:10 menm la, se men Ou k ap mennen mwen, e se men dwat Ou k ap kenbe m.
PSA 139:11 Si mwen di: “Anverite, tenèb la va kouvri mwen, e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”
PSA 139:12 menm tenèb la pa tenèb pou Ou, e fènwa a klere menm jan ak lajounen. Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.
PSA 139:13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo. Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
PSA 139:14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman, paske mwen fèt yon fason mèvèye. Zèv Ou yo depase bon konprann e nanm mwen byen konnen sa.
PSA 139:15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a, e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.
PSA 139:16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen. Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
PSA 139:17 Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo pou mwen! A la gran, yo gran anpil!
PSA 139:18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab. Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.
PSA 139:19 O ke Ou ta touye mechan yo, O Bondye. Soti sou mwen, O moun ki vèse san.
PSA 139:20 Paske yo pale kont Ou ak mechanste, e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.
PSA 139:21 Èske m pa rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ? Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?
PSA 139:22 Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt. Yo devni lènmi m.
PSA 139:23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen. Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.
PSA 139:24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e mennen mwen nan chemen etènèl la.
PSA 140:1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo. Delivre m de moun vyolan yo:
PSA 140:2 k ap fè manèv mechan nan kè yo. Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.
PSA 140:3 Yo file lang yo tankou koulèv. Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. Tan
PSA 140:4 Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo. Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.
PSA 140:5 Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen. Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la. Yo fin plase yon pyèj pou mwen. Tan
PSA 140:6 Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.” Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.
PSA 140:7 O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an, Ou te kouvri tèt mwen nan jou batay la.
PSA 140:8 Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an. Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. Tan
PSA 140:9 Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo, pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.
PSA 140:10 Kite chabon tou limen vin tonbe sou yo. Kite yo jete nan dife, nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.
PSA 140:11 Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.
PSA 140:12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo, e fè jistis pou malere a.
PSA 140:13 Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou. Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.
PSA 141:1 Yon Sòm David O SENYÈ, mwen rele non Ou. Fè vit! Vin kote m! Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!
PSA 141:2 Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou; lè m leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.
PSA 141:3 Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ. Veye dri sou pòt lèv mwen yo.
PSA 141:4 Pa mennen kè m vè okenn mal, pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki fè inikite yo. Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.
PSA 141:5 Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.
PSA 141:6 Jij pa yo fin jete a tè bò kote wòch yo. Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.
PSA 141:7 Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a, se konsa zo nou yo fin gaye nan bouch sejou mò a.
PSA 141:8 Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a. Nan Ou, mwen kache. Pa kite nanm mwen san pwotèj.
PSA 141:9 Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo, avèk pèlen a sila ki fè inikite yo.
PSA 141:10 Kite mechan yo tonbe nan pwòp filè yo, pandan mwen pase akote.
PSA 142:1 Yon Sòm Refleksyon pa David lè l te nan kav la. Yon lapriyè Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a. Ak vwa m, mwen fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.
PSA 142:2 Mwen vide plent mwen yo devan L. Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.
PSA 142:3 Lè lespri m te fin bat anndan m, Ou te konnen chemen mwen. Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.
PSA 142:4 Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen. Nanpwen moun ki pou fè m chape. Nanpwen moun ki pou pran swen m.
PSA 142:5 Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ. Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen, pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”
PSA 142:6 “Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt. Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo, paske yo twò fò pou mwen.
PSA 142:7 Mennen nanm mwen sòti nan prizon, pou m kab bay remèsiman a non Ou. Moun ladwati mwen yo va antoure mwen, paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”
PSA 143:1 Yon Sòm David Tande lapriyè mwen, O SENYÈ. Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo. Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak ladwati Ou!
PSA 143:2 Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a, paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.
PSA 143:3 Paske lènmi an te pèsekite nanm mwen. Li fin kraze lavi m jis rive atè. Li te fè m rete kote fènwa, tankou sila ki mouri lontan yo.
PSA 143:4 Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m. Kè m nan gwo twoub anndan m.
PSA 143:5 Mwen sonje ansyen jou yo. Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè. Mwen panse sou zèv men Ou yo.
PSA 143:6 Mwen lonje men m vè Ou menm. Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.
PSA 143:7 Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.
PSA 143:8 Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten, paske mwen mete konfyans mwen nan Ou. Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a, paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.
PSA 143:9 Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo. Mwen kache nan Ou.
PSA 143:10 Enstwi mwen pou fè volonte Ou, paske se Ou menm ki Bondye mwen. Lespri Ou bon. Kondwi mwen sou tèren ladwati a.
PSA 143:11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ, fè m reprann fòs mwen. Nan ladwati Ou, mennen nanm mwen sòti nan gwo twoub la.
PSA 143:12 Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt. Detwi tout sila ki aflije nanm mwen yo, paske mwen se sèvitè Ou.
PSA 144:1 Yon Sòm David Beni se SENYÈ a, wòch mwen an, ki enstwi men m pou fè lagè, ak dwèt mwen pou batay.
PSA 144:2 Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, Fòterès mwen ak liberatè mwen an, Boukliye mwen an nan sila mwen kache a, Ki soumèt pèp mwen an anba m.
PSA 144:3 O SENYÈ, se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li? Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li?
PSA 144:4 Lòm se tankou yon sèl souf. Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.
PSA 144:5 Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann. Touche mòn yo pou yo kab fè lafimen.
PSA 144:6 Fè parèt eklè pou gaye yo. Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon.
PSA 144:7 Lonje men Ou soti anwo. Fè m sekou! Delivre m sòti nan gwo dlo yo, nan men etranje yo ak
PSA 144:8 bouch kap pale manti yo e men dwat a sila ki se men dwat a manti yo.
PSA 144:9 Mwen va chante yon chan tounèf a Ou menm, O Bondye; Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,
PSA 144:10 Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a, chape de nepe lanmò a.
PSA 144:11 Fè m sekou e delivre m de men a etranje yo, Bouch a sila ki pale desepsyon yo, e men dwat a sila ki men dwat a manti yo.
PSA 144:12 Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi, e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta anbeli yon palè wayal.
PSA 144:13 Kite depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi. Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo.
PSA 144:14 Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj. Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e nanpwen moun k ap rele “anmwey” nan lari nou yo.
PSA 144:15 A la beni pèp ki ranje konsa beni! A la beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.
PSA 145:1 Yon chan lwanj pa David Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
PSA 145:2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
PSA 145:3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj. Grandè Li pa kab fin sonde menm.
PSA 145:4 Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt. Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
PSA 145:5 Sou bèlte e glwa a majeste Ou avèk zèv mèvèy Ou yo, mwen va reflechi tout tan.
PSA 145:6 Lèzòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yo e mwen va pale jan Ou gran.
PSA 145:7 Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou. Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
PSA 145:8 SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
PSA 145:9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li lonje rive sou tout zèv Li yo.
PSA 145:10 Tout zèv Ou yo va di Ou: “Mèsi O SENYÈ,” e fidèl Ou yo va beni Ou.
PSA 145:11 Yo va pale glwa a wayòm Ou an, e pale sou zafè pouvwa Ou yo;
PSA 145:12 Pou fè rekonèt a fis a lòm yo, zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak majeste a wayòm Ou an.
PSA 145:13 Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
PSA 145:14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe. Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
PSA 145:15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou. Ou bay yo manje yo nan lè yo.
PSA 145:16 Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi a tout sila k ap viv yo.
PSA 145:17 Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
PSA 145:18 SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo, tout sila ki rele li ak verite yo.
PSA 145:19 Li va ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo. Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
PSA 145:20 SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo, men mechan yo, Li va detwi
PSA 145:21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a, e tout chè va beni sen non Li an jis pou tout tan e pou tout tan.
PSA 146:1 Beni SENYÈ a! Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
PSA 146:2 Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv. Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an pandan mwen sou latè a.
PSA 146:3 Pa mete konfyans nan prens yo. Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a.
PSA 146:4 Lespri li pa rete; li retounen nan tè a. Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.
PSA 146:5 A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
PSA 146:6 Ki te fè syèl la avèk tè a, lanmè ak tout sa ki ladann. Ki fidèl jis pou tout tan.
PSA 146:7 Ki egzekite jistis pou oprime yo. Ki bay manje a moun grangou yo. SENYÈ a mete prizonye yo an libète.
PSA 146:8 SENYÈ a ouvri zye a avèg yo. SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo. SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
PSA 146:9 SENYÈ a pwoteje etranje yo. Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la, men Li jennen wout mechan an.
PSA 146:10 SENYÈ a va renye jis pou tout tan, Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo. Louwe SENYÈ a!
PSA 147:1 Louwe SENYÈ a! Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an. Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.
PSA 147:2 SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem. Li ranmase egzile Israël yo.
PSA 147:3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
PSA 147:4 Li konte fòs kantite zetwal yo. Li bay non a yo tout.
PSA 147:5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs. Bon konprann Li an san limit nèt.
PSA 147:6 SENYÈ a bay soutyen a aflije yo. Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.
PSA 147:7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman. Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
PSA 147:8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo, ki founi lapli pou tè a, ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
PSA 147:9 Li bay bèt la manje li, ak jenn kòbo k ap kriye yo.
PSA 147:10 Li pa pran plezi nan fòs cheval la. Li pa pran plezi nan janm a moun.
PSA 147:11 SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo, sila ki tann lanmou dous Li yo.
PSA 147:12 Louwe SENYÈ a, O Jérusalem! Louwe Bondye ou a, O Sion!
PSA 147:13 Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo; Li te beni fis ou yo anndan w.
PSA 147:14 Li fè lapè anndan lizyè ou yo. Li satisfè ou ak meyè kalite ble.
PSA 147:15 Li voye lòd Li sou latè. Pawòl Li kouri byen vit.
PSA 147:16 Li bay lanèj kon lenn. Li gaye lawouze glase kon sann.
PSA 147:17 Li jete voye glas Li kon ti mòso. Se kilès ki kab kanpe devan fredi Li a?
PSA 147:18 Li voye pawòl Li pou fonn yo. Li fè van Li soufle e dlo yo koule.
PSA 147:19 Li deklare pawòl Li yo a Jacob, règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.
PSA 147:20 Li pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon. Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo. Louwe SENYÈ a!
PSA 148:1 Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo! Louwe Li kote ki wo yo!
PSA 148:2 Louwe Li, tout zanj Li yo. Louwe Li tout lame Li yo!
PSA 148:3 Louwe Li, solèy ak lalin nan. Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!
PSA 148:4 Louwe Li, pi wo syèl yo, ak dlo ki anwo syèl yo.
PSA 148:5 Kite yo louwe non SENYÈ a, paske Li te pase lòd, e sa te fèt.
PSA 148:6 Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan. Li te pase yon dekrè ki p ap janm disparèt.
PSA 148:7 Louwe SENYÈ a soti sou latè, gwo bèt voras lanmè a ak tout fon an.
PSA 148:8 Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj, van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.
PSA 148:9 Mòn yo ak tout kolin yo, pye fwi yo ak tout pye sèd yo,
PSA 148:10 Bèt sovaj yo ak tout bèt chan yo, sa ki trennen atè ak bèt ki vole yo,
PSA 148:11 wa latè yo ak tout pèp yo, prens yo ak tout jij latè yo,
PSA 148:12 ni jennonm, ni vyèj, granmoun ak timoun.
PSA 148:13 Kite yo louwe non SENYÈ a, paske se sèl non Li ki leve wo. Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.
PSA 148:14 Li te leve yon kòn pou pèp Li a, Lwanj pou tout fidèl Li yo, menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li. Louwe SENYÈ a.
PSA 149:1 Louwe SENYÈ a! Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo.
PSA 149:2 Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a. Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a.
PSA 149:3 Kite yo louwe non Li avèk dans! Kite yo chante lwanj a Li avèk tanbouren ak gita.
PSA 149:4 Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a. Li va anbeli enb yo avèk sali Li.
PSA 149:5 Kite fidèl yo leve wo nan glwa. Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.
PSA 149:6 Ke gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo, ak yon nepe file de bò nan men yo,
PSA 149:7 pou fè vanjans sou nasyon yo, avèk pinisyon sou lòt pèp yo;
PSA 149:8 pou mare wa yo ak chenn, ak moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,
PSA 149:9 pou egzekite sou yo jijman ki te ekri a. Sa se lonè de tout fidèl Li yo. Louwe SENYÈ a!
PSA 150:1 Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a! Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!
PSA 150:2 Louwe Li pou zèv pwisan Li yo! Louwe Li selon bèlte a grandè Li!
PSA 150:3 Louwe Li ak son twonpèt la! Louwe Li ak ap avèk gita!
PSA 150:4 Louwe Li ak tanbouren ak dans! Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!
PSA 150:5 Louwe Li ak senbal byen fò! Louwe Li ak senbal k ap retanti!
PSA 150:6 Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a!
PRO 1:1 Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:
PRO 1:2 pou konnen sajès avèk enstriksyon, Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,
PRO 1:3 Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès, ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;
PRO 1:4 Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.
PRO 1:5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,
PRO 1:6 Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.
PRO 1:7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la; sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
PRO 1:8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou, e pa abandone leson a manman ou yo;
PRO 1:9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou, ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
PRO 1:10 Fis mwen an, si pechè yo vin tante ou, pa dakò.
PRO 1:11 Si yo di: “Vini avèk nou, annou kouche yon pyèj pou san, annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;
PRO 1:12 Annou vale yo vivan tankou Sejou mò yo, menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo.
PRO 1:13 Nou va jwenn tout kalite byen presye, nou va ranpli lakay nou ak piyaj.
PRO 1:14 Tire osò pa ou ansanm ak nou. Nou tout va gen yon sèl bous”—
PRO 1:15 Fis mwen an, pa mache nan chemen avèk yo. Anpeche pye ou antre sou wout yo,
PRO 1:16 Paske pye yo kouri jwenn mal, e yo fè vit pou yo vèse san.
PRO 1:17 Anverite, se initil pou ouvri yon filè ak pen gaye devan nenpòt kalite zwazo;
PRO 1:18 men yap kouche yon pyèj pou pwòp san pa yo. Yo fè anbiskad pou pwòp lavi pa yo.
PRO 1:19 Se konsa tout chemen yo ye a pou tout moun ki vin genyen pa mwayen vyolans. Se pwòp lavi yo kap vin rache.
PRO 1:20 Sajès rele fò nan lari. Li leve vwa li nan plas la.
PRO 1:21 Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò. Nan antre pòtay lari yo, li fè moun tande tout pawòl li yo:
PRO 1:22 “Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?
PRO 1:23 Vire sou repwòch mwen an. Gade byen, mwen va vide lespri m sou nou. Mwen va fè nou konnen pawòl mwen yo.
PRO 1:24 Akoz mwen te rele nou e nou te refize; mwen te lonje men m, e pèsòn pa t okipe sa,
PRO 1:25 men nou te neglije tout konsèy mwen yo, e nou pa t vle tande repwòch mwen;
PRO 1:26 konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo. Mwen va moke nou lè gran laperèz la rive,
PRO 1:27 lè gran laperèz nou rive tankou tanpèt e gwo dezas nou yo tankou toubiyon, lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.
PRO 1:28 Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn. Yo va chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,
PRO 1:29 akoz yo te rayi konesans e pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.
PRO 1:30 Yo te refize konsèy mwen. Yo te rejte tout repwòch mwen yo.
PRO 1:31 Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo, e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.
PRO 1:32 Paske chemen kwochi a moun san konprann yo va touye yo. Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.
PRO 1:33 Men sila ki koute mwen an va viv ansekirite, e li va rete alèz san pè malè.”
PRO 2:1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo, e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
PRO 2:2 e fè zòrèy ou atantif a sajès; e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
PRO 2:3 wi, si ou leve vwa w pou sajès; e leve vwa ou vè bon konprann;
PRO 2:4 si ou chache li kon ajan, e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
PRO 2:5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a, e dekouvri konesans Bondye a.
PRO 2:6 Paske, SENYÈ a bay sajès. Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
PRO 2:7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la. Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,
PRO 2:8 K ap veye chemen lajistis yo, e pwoteje chemen a fidèl Li yo.
PRO 2:9 Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis, e menm egalite avèk tout bon chemen yo.
PRO 2:10 Paske, sajès va antre nan kè ou, e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.
PRO 2:11 Bon konprann va pwoteje ou, konesans va veye sou ou,
PRO 2:12 pou pwoteje ou kont chemen mal la, kont lòm ki pale bagay pèvès yo.
PRO 2:13 Kont sila ki kite chemen ladwati yo pou mache nan chemen fènwa yo;
PRO 2:14 ki pran plezi nan fè sa ki mal e rejwi nan mechanste mal la.
PRO 2:15 Chemen a sila ki vin kwochi yo e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.
PRO 2:16 Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a, soti nan men fanm adiltè ki flate ak pawòl li;
PRO 2:17 ki kite konpanyen jenès li a, e ki bliye akò a Bondye li;
PRO 2:18 paske lakay li mennen a lanmò e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.
PRO 2:19 Pèsòn ki ale kote li menm, pa retounen ankò, ni yo pa jwenn pa lavi.
PRO 2:20 Akoz sa a, ou va mache nan chemen a sila ki bon yo, e swiv tras a moun ladwati yo.
PRO 2:21 Paske moun dwat yo va viv nan peyi a, e sila ki san tò yo va rete ladann;
PRO 2:22 men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a, e moun trèt yo va dechouke de li.
PRO 3:1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
PRO 3:2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo va vin ogmante sou ou.
PRO 3:3 Pa kite dousè ak verite kite ou. Mare yo antoure kou ou. Ekri yo sou tablo kè ou.
PRO 3:4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon nan men Bondye a, ak moun.
PRO 3:5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou; pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
PRO 3:6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
PRO 3:7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou; krent SENYÈ a e vire kite mal.
PRO 3:8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou, ak rafrechisman a zo ou.
PRO 3:9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo; ak premye pati nan tout prodwi ou,
PRO 3:10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans, e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
PRO 3:11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a, ni rayi repwòch Li,
PRO 3:12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li, jis tankou yon papa konn korije fis nan sila li pran plezi a.
PRO 3:13 A la beni nonm ki twouve sajès, e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
PRO 3:14 Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan, e pwofi li pi bon ke lò fen.
PRO 3:15 Li pi presye pase bijou; e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
PRO 3:16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li. Nan men goch li se richès ak lonè.
PRO 3:17 Chemen li yo byen dous, e tout pa li yo se lapè.
PRO 3:18 Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo, e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
PRO 3:19 SENYÈ a ak sajès te fonde latè a; ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
PRO 3:20 Ak konesans Li, fon yo te vin ouvri, e syèl yo te vin degoute lawouze.
PRO 3:21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe bon sajès ak bon konprann.
PRO 3:22 Konsa yo va lavi pou nanm ou ak dekorasyon pou kou ou.
PRO 3:23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite, e pye ou p ap chape.
PRO 3:24 Lè ou kouche ou p ap pè; kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
PRO 3:25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman, ni atak a mechan an lè l vini.
PRO 3:26 Paske Bondye va konfyans ou, e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.
PRO 3:27 Pa refize fè byen a sila ki merite l yo, si se nan kapasite ou pou fè l.
PRO 3:28 Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”, oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.
PRO 3:29 Pa kalkile mal kont vwazen ou pandan l ap viv an sekirite akote ou.
PRO 3:30 Pa fè kont ak yon nonm san koz, depi li pa konn fè ou tò.
PRO 3:31 Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan, ni pa chwazi chemen li yo.
PRO 3:32 Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a; men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo.
PRO 3:33 Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo, men Li beni abitasyon a moun dwat yo.
PRO 3:34 Li moke moun k ap moke, men Li bay gras a sila ki aflije yo.
PRO 3:35 Saj yo va resevwa gran respè kon eritaj, men moun plen foli yo va dezonore.
PRO 4:1 Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa, e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
PRO 4:2 Paske mwen bay ou bon konsèy; pa abandone enstriksyon mwen.
PRO 4:3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m, byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,
PRO 4:4 Alò, li te enstwi mwen e te di mwen: “Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen; kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
PRO 4:5 Vin ranmase sajès! Ranmase bon konprann! Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
PRO 4:6 Pa abandone li e li va pwoteje ou; renmen li e li va veye sou ou.
PRO 4:7 Men sa ki kòmansman sajès la: Ranmase sajès! Epi avèk sa ou rasanble a, chache bon konprann.
PRO 4:8 Mete valè li wo e li va fè ou leve; li va bay ou onè si ou anbrase l.
PRO 4:9 Li va poze sou tèt ou yon kouwòn lagras; li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.”
PRO 4:10 Tande, fis mwen an, vin dakò ak pawòl mwen yo, e lane lavi ou yo va vin byen long.
PRO 4:11 Mwen te dirije ou nan chemen sajès la; mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.
PRO 4:12 Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen; epi si ou kouri, ou p ap glise tonbe.
PRO 4:13 Pran enstriksyon; pa lage menm. Pwoteje li paske li se lavi ou.
PRO 4:14 Pa antre nan chemen mechan yo, e pa avanse nan vwa malfektè yo.
PRO 4:15 Evite li, pa pase kote li; vire kite li e ale byen lwen.
PRO 4:16 Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal; epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo si yo pa fè lòt glise tonbe.
PRO 4:17 Paske yo manje pen a malveyan yo e bwè diven vyolans.
PRO 4:18 Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.
PRO 4:19 Chemen mechan yo tankou tenèb; yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.
PRO 4:20 Fis mwen an, prete atansyon a pawòl mwen yo; panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.
PRO 4:21 Pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe yo nan fon kè ou.
PRO 4:22 Paske yo se lavi a sila ki jwenn yo, ak lasante a tout kò yo.
PRO 4:23 Veye sou kè ou ak tout dilijans; paske de li, sous lavi yo koule.
PRO 4:24 Mete lwen de ou yon bouch manti e mete tout pawòl foub byen lwen ou.
PRO 4:25 Kite zye ou gade tou dwat devan e kite vizyon ou konsantre devan nèt.
PRO 4:26 Veye wout pye ou konn pran e tout chemen ou yo va byen etabli.
PRO 4:27 Pa vire ni adwat ni agoch; fè pye ou vire kite mal.
PRO 5:1 Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen, apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;
PRO 5:2 pou ou kab kenbe sajès e pou lèv ou ka konsève konesans.
PRO 5:3 Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo, e pale li pi dous pase lwil;
PRO 5:4 men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl, epi file kon yon nepe ki koupe de bò.
PRO 5:5 Pye li yo desann vè lanmò e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.
PRO 5:6 Li pa reflechi sou pa lavi a; vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.
PRO 5:7 Alò, fis mwen yo, koute mwen, e pa bliye pawòl a bouch mwen yo.
PRO 5:8 Kenbe wout ou byen lwen li, e pa pwoche toupre pòt lakay li.
PRO 5:9 Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo ak ane ou yo a mechan an.
PRO 5:10 Konsa, etranje yo va ranpli ak fòs ou, e byen yo ke ou te ranmase ak swè ou, va rive lakay a yon etranje.
PRO 5:11 Epi ou va plenyen nan gòj lè dènye moman lavi ou rive, lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.
PRO 5:12 Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon! Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!
PRO 5:13 Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo, ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.
PRO 5:14 Mwen te prèt pou fini nèt nan mitan asanble a ak kongregasyon an.”
PRO 5:15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.
PRO 5:16 Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje, konn vwa dlo k ap kouri nan lari yo?
PRO 5:17 Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.
PRO 5:18 Kite fontèn dlo ou a rete beni, e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
PRO 5:19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan, kite tete li yo satisfè ou tout tan. Rete debòde nèt ak lanmou li.
PRO 5:20 Paske poukisa fis mwen an, ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè, e anbrase lestonmak a yon etranje?
PRO 5:21 Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a, e Li veye tout pa li yo.
PRO 5:22 Pwòp inikite a mechan an va kaptire li. Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.
PRO 5:23 Li va mouri akoz mank enstriksyon, e nan grandè foli li, li va vin egare.
PRO 6:1 Fis mwen an, si ou devni garanti dèt pou vwazen ou, ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.
PRO 6:2 Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou, ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.
PRO 6:3 Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou. Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an, ale desann pou jennen vwazen ou an.
PRO 6:4 Pa kite dòmi tonbe nan zye ou, ni somèy rive sou pòpyè zye ou.
PRO 6:5 Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè, oswa zwazo a nan pèlen moun lachas la.
PRO 6:6 Ale kote foumi, o parese. Veye abitid li yo e vin saj!
PRO 6:7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
PRO 6:8 konn prepare manje li nan gran sezon an e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
PRO 6:9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese? Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
PRO 6:10 Yon ti dòmi, yon ti somèy, yon ti pliye men ou yo pou repoze;
PRO 6:11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon, e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
PRO 6:12 Yon sanzave, yon moun mechan se sila ki mache ak yon bouch pèvès,
PRO 6:13 ki bat zye li, ki fè siy ak pye li, ki pwente ak dwèt li;
PRO 6:14 ki avèk pèvèsite nan kè l fè tout tan sa ki mal, ki gaye konfli.
PRO 6:15 Pou sa, malè li va parèt sibitman; nan yon enstan li va kase nèt; e li p ap gen gerizon ditou.
PRO 6:16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi; wi sèt menm ki abominab devan l:
PRO 6:17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti, avèk men ki vèse san inosan,
PRO 6:18 Yon kè ki divize plan mechan yo, pye ki kouri vit pou jwenn mal,
PRO 6:19 Yon fo temwen ki bay manti, ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
PRO 6:20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou e pa abandone enstriksyon manman ou.
PRO 6:21 Mare yo tout tan sou kè ou; mare yo nan kou ou.
PRO 6:22 Lè ou mache toupatou, yo va gide ou. Lè ou dòmi, yo va veye sou ou. Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.
PRO 6:23 Paske kòmandman an se yon lanp, e enstriksyon li se limyè. Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
PRO 6:24 pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a, a lang glise de fanm adiltè a.
PRO 6:25 Pa dezire bote li nan kè ou, ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.
PRO 6:26 Paske akoz yon pwostitiye, yon gason redwi a yon mòso pen. Yon fanm adiltè fè lachas lavi presye.
PRO 6:27 Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo pou rad li pa brile?
PRO 6:28 Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen, san ke pye l pa brile?
PRO 6:29 Se konsa li ye ak yon nonm ki antre nan madanm vwazen li. Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.
PRO 6:30 Pèsòn pa meprize yon vòlè k ap vòlè pou l kab satisfè grangou.
PRO 6:31 Men si pa aza, li jwenn li, l ap oblije repeye li sèt fwa. Lap oblije bay tout sa li posede lakay li.
PRO 6:32 Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès; nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.
PRO 6:33 L ap twouve blesi ak gwo wont, e repwòch li p ap efase menm.
PRO 6:34 Paske jalouzi fè laraj nan yon nonm; li p ap fè gras nan jou vanjans lan.
PRO 6:35 Li p ap dakò dedonmaje ak ranson, ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.
PRO 7:1 Fis mwen an, kenbe pawòl mwen yo e kache kòmandman mwen yo anndan ou.
PRO 7:2 Kenbe kòmandman mwen yo pou viv, ak enstriksyon mwen yo kon de grenn zye nan tèt ou.
PRO 7:3 Mare yo sou dwèt ou; ekri yo sou tablo a kè ou.
PRO 7:4 Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,” e rele sajès pi bon zanmi ou,
PRO 7:5 Pou li kab anpeche ou ale jwenn ak yon fanm adiltè; yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.
PRO 7:6 Paske bò fenèt lakay mwen, mwen te gade nan fant fenèt mwen an.
PRO 7:7 Konsa, mwen te wè pami moun sòt yo, e te rekonèt pami jenn yo, yon jennonm ki te manke bon sans;
PRO 7:8 ki t ap pase nan lari a toupre kwen kay fanm nan. Konsa, li pran chemen pou rive lakay li,
PRO 7:9 nan solèy kouche a, nan aswè, nan mitan lannwit ak nan fènwa.
PRO 7:10 Epi gade, yon fanm vin pwoche li abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.
PRO 7:11 Li parèt plen kouraj nan rebelyon li. Pye li pa rete lakay li.
PRO 7:12 Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo, l ap kache tann nan tout kwen.
PRO 7:13 Konsa, li sezi li, bo li; e ak figi byen ranje, li di li:
PRO 7:14 “Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo. Se jodi a, mwen fin peye ve mwen yo.
PRO 7:15 Konsa, mwen te vin rankontre ou, pou jwenn prezans ou; e konsa, mwen te twouve ou.
PRO 7:16 Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti; avèk bèl dra Égypte yo.
PRO 7:17 Mwen te flite kabann nan ak pafen flè jasmen, lwil womaren ak kanèl.
PRO 7:18 Vini, annou bwè ladann e fè lanmou jis rive nan maten. Annou fè kè nou kontan ak doudous nou yo.
PRO 7:19 Paske mari m pa lakay la; li ale nan yon gran vwayaj.
PRO 7:20 Li te pran yon sak lajan avè l. Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay.”
PRO 7:21 Ak anpil ankourajman, li atire li; avèk lèv a flatè, li sedwi li.
PRO 7:22 Sibitman, li swiv li tankou yon bèf k ap monte labatwa, tankou moun sòt k ab mache rive nan ne koulan an.
PRO 7:23 Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l; tankou yon zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen. Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.
PRO 7:24 Alò, pou sa, fis yo, koute mwen e okipe pawòl a bouch mwen yo.
PRO 7:25 Pa kite kè ou vire akote nan chemen li yo! Pa vin antre egare nan wout li yo!
PRO 7:26 Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo; e anpil se sila ki te mouri akoz li.
PRO 7:27 Lakay li nan wout Sejou mò yo, k ap desann nan chanm lanmò yo.
PRO 8:1 Èske sajès pa rele? Èske bon konprann pa leve vwa li?
PRO 8:2 Anlè wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo; la li pran pozisyon li.
PRO 8:3 Akote pòtay yo, nan ouvèti vil la, nan antre pòtay yo, li kriye fò:
PRO 8:4 Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele! Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.
PRO 8:5 O moun ensanse yo, vin aprann pridans! Moun fou yo, vin konprann sajès!
PRO 8:6 Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay. Lè lèv mwen louvri, y ap devwale bagay ki kòrèk.
PRO 8:7 Paske bouch mwen va eksprime verite; epi mechanste vin abominab a lèv mwen.
PRO 8:8 Tout pawòl a bouch mwen yo dwat; nanpwen anyen kwochi oswa pèvès ladann yo.
PRO 8:9 Yo byen dwat pou sila ki konprann nan, e kòrèk pou sila ki jwenn konesans lan.
PRO 8:10 Pran konsèy mwen olye ajan, e konesans olye pi chwa nan lò pi.
PRO 8:11 Paske, sajès pi bon ke bijou; epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
PRO 8:12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann. Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.
PRO 8:13 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal, ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.
PRO 8:14 Konsèy ak bon sajès se pou mwen. Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
PRO 8:15 Akoz mwen, wa yo vin renye; e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
PRO 8:16 Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa; tout moun ki fè jijman ki bon yo.
PRO 8:17 Mwen renmen sila ki renmen m yo. Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
PRO 8:18 Richès ak lonè avèk m; richès k ap dire ak ladwati.
PRO 8:19 Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi. Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
PRO 8:20 Mwen mache nan ladwati, nan mitan wout lajistis yo,
PRO 8:21 Pou m bay a sila ki renmen m, richès; pou m kab ranpli kès yo.
PRO 8:22 SENYÈ a te posede m nan kòmansman travay pa Li; menm avan zèv ansyen Li yo.
PRO 8:23 Depi nan etènite, mwen te etabli, depi nan kòmansman, depi nan tan pi ansyen mond lan.
PRO 8:24 Lè potko gen pwofondè, mwen te fèt, lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.
PRO 8:25 Avan mòn yo te poze, avan kolin yo, mwen te fèt;
PRO 8:26 pandan li potko fè tè a ak chan yo, ni premye grenn pousyè mond lan.
PRO 8:27 Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la, lè Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,
PRO 8:28 lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm, lè sous nan fon yo te vin etabli,
PRO 8:29 lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li, lè Li te make tras fondasyon tè a;
PRO 8:30 Nan tan sa a, mwen te akote Li, yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen e te rejwi devan L tout tan,
PRO 8:31 Mwen t ap Rejwi nan mond Li a, e fè kè kontan nan fis a lòm yo.
PRO 8:32 “Alò, pou sa, fis yo, koute mwen; paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
PRO 8:33 Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
PRO 8:34 Beni se moun ki koute mwen an, k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo, k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
PRO 8:35 Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi e resevwa lonè devan SENYÈ a.
PRO 8:36 Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”
PRO 9:1 Sajès bati kay li a; li taye sèt gwo pilye li yo.
PRO 9:2 Li te prepare manje li, li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
PRO 9:3 Li voye demwazèl li yo deyò, li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
PRO 9:4 “Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!” Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:
PRO 9:5 “Vin manje manje mwen an, e bwè diven ke m te melanje a.
PRO 9:6 Kite foli ou pou ou ka viv; epi avanse nan chemen bon konprann nan.”
PRO 9:7 Sila ki korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li, e sila ki repwoche yon nonm mechan va resevwa ofans sou tèt li.
PRO 9:8 Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou; repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
PRO 9:9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj, enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.
PRO 9:10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
PRO 9:11 Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye, e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
PRO 9:12 Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou; e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
PRO 9:13 Fanm sòt pale byen fò ak gwo vwa; li bèt, e li pa konnen anyen.
PRO 9:14 Li chita devan pòtay lakay li, sou yon chèz akote wo plas vil yo.
PRO 9:15 Li rele sila ki pase yo, ki ap fè chemen yo dwat yo:
PRO 9:16 Sila ki pa konnen anyen an, kite li antre isit la. Pou sila ki manke konprann nan, li di:
PRO 9:17 “Dlo yo vòlè dous e pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
PRO 9:18 Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a. Vizitè li yo la. Yo nan fon Sejou mò yo.
PRO 10:1 Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.
PRO 10:2 Richès ranmase pa mechanste pa reyisi, men ladwati delivre soti nan lanmò.
PRO 10:3 SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou, men l ap rejte lanvi mechan an.
PRO 10:4 Malere se sila ki travay ak men lach; men lamen moun dilijan an, anrichi.
PRO 10:5 Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an, se yon fis ki aji ak sajès; men sila ki dòmi nan lè rekòlt la, fè gwo wont.
PRO 10:6 Benediksyon se sou tèt a moun dwat la; men bouch mechan an kache vyolans.
PRO 10:7 Memwa a moun dwat la beni; men non mechan an vin pouri.
PRO 10:8 Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la; men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.
PRO 10:9 Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite; men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.
PRO 10:10 Sila ki bat zye a, koze pwoblèm, e moun fou a ki pale anpil, fè dega.
PRO 10:11 Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi, men bouch a mechan an kache vyolans.
PRO 10:12 Rayisman pwovoke konfli; men lanmou kouvri tout fot.
PRO 10:13 Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès; men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
PRO 10:14 Moun saj yo ranmase konesans; men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.
PRO 10:15 Byen a moun rich se yon sitadèl pou li. Sa ki detwi malere a se mizè.
PRO 10:16 Salè a moun dwat se lavi; revni a mechan an se pinisyon.
PRO 10:17 Sila ki swiv enstriksyon an, sou wout lavi; men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.
PRO 10:18 Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti; e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
PRO 10:19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite; men sila ki frennen lèv li gen sajès.
PRO 10:20 Lang a moun dwat yo se tankou ajan pi chwazi a; men kè a mechan an vo piti.
PRO 10:21 Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje; men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.
PRO 10:22 Benediksyon SENYÈ a fè moun rich; konsa li pa mele ak chagren.
PRO 10:23 Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan; e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.
PRO 10:24 Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li; men sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.
PRO 10:25 Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt; men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.
PRO 10:26 Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye; se konsa parese a ye pou sila ki voye li yo.
PRO 10:27 Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi; men lane mechan yo va kout.
PRO 10:28 Lespwa a moun dwat la se kè kontan; men entansyon mechan an va peri.
PRO 10:29 Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo; men destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
PRO 10:30 Moun ladwati a p ap janm souke; men mechan yo p ap demere nan peyi a.
PRO 10:31 Bouch a moun dwat la koule ak sajès; men lang pèvès la vin koupe.
PRO 10:32 Lèv a moun dwat yo fè parèt sa ki bon; men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.
PRO 11:1 Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a; men yon pwa ki jis se plezi Li.
PRO 11:2 Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv; men avèk moun enb lan, se sajès.
PRO 11:3 Entegrite a moun dwat la va gide yo; men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.
PRO 11:4 Richès pa gen avantaj nan jou jijman an; men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.
PRO 11:5 Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa; men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.
PRO 11:6 Ladwati a moun dwat yo va delivre yo; men moun trèt yo va kenbe pa pwòp vorasite yo.
PRO 11:7 Lè yon nonm mechan mouri, sa li anvizaje a mouri avè l.
PRO 11:8 Moun dwat la va delivre soti nan twoub; men mechan an va pran plas li.
PRO 11:9 Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li; men ak konesans, moun dwat yo va delivre.
PRO 11:10 Lè sa ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans; e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.
PRO 11:11 Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo; men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.
PRO 11:12 Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt; men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.
PRO 11:13 Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo; men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.
PRO 11:14 Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe; men ak anpil konseye, gen viktwa.
PRO 11:15 Sila ki se garanti pou yon moun li pa konnen, va vrèman soufri pou sa a; men sila ki rayi vin yon garanti va asire.
PRO 11:16 Yon fanm ak gras twouve onè; e mesye san prensip yo twouve richès.
PRO 11:17 Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li; men yon nonm mechan fè tèt li mal.
PRO 11:18 Mechan an ranmase salè li nan koken; men sila ki simen ladwati a, va twouve vre rekonpans lan.
PRO 11:19 Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi, e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.
PRO 11:20 Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a; men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.
PRO 11:21 Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon; men desandan a moun dwat yo va delivre.
PRO 11:22 Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon, se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans.
PRO 11:23 Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon; men dezi a mechan an mennen jijman.
PRO 11:24 Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis. Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.
PRO 11:25 Sila ki bay ak bon kè a va pwospere; sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.
PRO 11:26 Sila ki refize bay manje sereyal la, va modi pa pèp la; men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.
PRO 11:27 Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye; men sila ki chache mal la, se mal la k ap vin jwenn li.
PRO 11:28 Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe; men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.
PRO 11:29 Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van; e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.
PRO 11:30 Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi, e sila ki saj yo va sove nanm yo.
PRO 11:31 Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè, konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!
PRO 12:1 Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans, men sila ki rayi korije a, se bèt.
PRO 12:2 Yon bon moun va jwenn favè SENYÈ a; men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.
PRO 12:3 Yon nonm p ap etabli ak mal la; men rasin moun dwat la p ap sòti menm.
PRO 12:4 Yon bon madanm se kouwòn a mari li; men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.
PRO 12:5 Panse a moun dwat yo jis; men konsèy a mechan yo se desepsyon.
PRO 12:6 Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san; men bouch moun dwat yo va delivre yo.
PRO 12:7 Mechan yo va boulvèse e vin disparèt; men kay a moun dwat yo va kanpe.
PRO 12:8 Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li; men sila ak panse pèvès la va meprize.
PRO 12:9 Meyè se sila ki enkoni an, men ki gen sèvitè, pase sila ki onore pwòp tèt li e ki manke pen an.
PRO 12:10 Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li; men konpasyon a mechan an se mechanste.
PRO 12:11 Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.
PRO 12:12 Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo; men rasin ladwati yo va donnen fwi li.
PRO 12:13 Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li; men moun dwat la va evite pwoblèm.
PRO 12:14 Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li, e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.
PRO 12:15 Chemen a yon moun fou bon nan zye li; men yon nonm saj koute konsèy.
PRO 12:16 Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit; men sila ki saj la evite wont.
PRO 12:17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat; men yon fo temwen twonpe.
PRO 12:18 Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.
PRO 12:19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan; men lang ki bay manti a rete pou yon moman.
PRO 12:20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo; men konseye lapè yo gen jwa.
PRO 12:21 Nanpwen mal ki rive moun dwat yo; men mechan yo plen ak twoub.
PRO 12:22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a; men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.
PRO 12:23 Yon moun pridan kache sa li konnen; men kè moun san konprann pale jis nan foli.
PRO 12:24 Men a dilijan yo va kòmande; men parese a va fè kòve.
PRO 12:25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann; men yon bon pawòl fè l leve.
PRO 12:26 Moun ladwati a se yon gid a vwazen li; men chemen a mechan fè yo egare.
PRO 12:27 Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li, men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
PRO 12:28 Nan chemen ladwati se lavi; e nan wout li nanpwen lanmò.
PRO 13:1 Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l, men yon mokè pa koute repwòch.
PRO 13:2 Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun enfidèl se vyolans.
PRO 13:3 Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li; sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
PRO 13:4 Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra.
PRO 13:5 Yon nonm dwat rayi sa ki fo; men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.
PRO 13:6 Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la; men mechanste fè pechè a vin souye nèt.
PRO 13:7 Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen; yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès.
PRO 13:8 Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li; men malere a pa tande menas.
PRO 13:9 Limyè a moun dwat la se rejwisans; men lanp a mechan an va etenn.
PRO 13:10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.
PRO 13:11 Richès ki sòti nan manti koule ale; men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.
PRO 13:12 Lespwa jennen fè kè a malad; men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.
PRO 13:13 Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwè a; men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.
PRO 13:14 Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavi pou detounen pèlen lanmò a.
PRO 13:15 Bon konprann pwodwi favè; men chemen moun ki pa fidèl la di.
PRO 13:16 Tout moun ki pridan aji ak konesans; men yon moun san konprann parèt ak foli li.
PRO 13:17 Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite; men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon
PRO 13:18 Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan; men sila ki konsidere repwòch la va onore.
PRO 13:19 Yon dezi ki reyalize se dous a nanm nan, men moun bèt pa vle kite mechanste.
PRO 13:20 Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
PRO 13:21 Se malè ki kouri dèyè pechè yo; men moun dwat yo va pwospere.
PRO 13:22 Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
PRO 13:23 Gen anpil manje nan tè malere a; men li fin bale nèt akoz enjistis.
PRO 13:24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
PRO 13:25 Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li; men vant mechan an toujou gen bezwen.
PRO 14:1 Fanm saj la bati kay li, men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.
PRO 14:2 Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a; men sila ki fè chemen kwochi a meprize li.
PRO 14:3 Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li; men lèv a saj yo va pwoteje yo.
PRO 14:4 Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp; men se fòs a bèf la ki fè richès.
PRO 14:5 Yon temwen fidèl p ap bay manti; men yon fo temwen pale manti.
PRO 14:6 Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.
PRO 14:7 Kite prezans a yon moun ensanse, sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.
PRO 14:8 Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.
PRO 14:9 Moun ensanse kontwole peche kon jwèt; men pami moun dwat yo, gen bòn volonte.
PRO 14:10 Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li; men ak lòt, sa p ap pataje.
PRO 14:11 Lakay mechan yo va detwi; men tant a moun dwat la va fleri.
PRO 14:12 Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm; men fen li se chemen lanmò an.
PRO 14:13 Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè, e lajwa kon fini nan tristès.
PRO 14:14 Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li; men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.
PRO 14:15 Moun san konprann kwè nan tout bagay; men yon nonm k ap reflechi veye pa li yo.
PRO 14:16 Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal; men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.
PRO 14:17 Yon nonm kolerik aji nan foli, e yon nonm koken va rayi pa lòt yo.
PRO 14:18 Moun san konprann yo gen foli kon eritaj; men moun rezonab lan kouwone ak konesans.
PRO 14:19 Mal la va bese devan sa ki bon an; e mechan an devan pòtay a moun dwat la.
PRO 14:20 Malere a vin rayi menm pa vwazen li; men moun gwo kòb gen anpil zanmi.
PRO 14:21 Sila ki meprize vwazen li fè peche; men sila ki fè gras a malere a, beni.
PRO 14:22 Èske sila ki fòmante mechanste a, pa egare? Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.
PRO 14:23 Nan tout travay gen pwofi; men pale anpil mennen nan povrete.
PRO 14:24 Kouwòn saj yo se richès yo; men betiz moun ensanse se foli yo.
PRO 14:25 Yon vre temwen sove lavi a moun; men sila ki pale manti pase moun nan betiz.
PRO 14:26 Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans; e pitit li yo va jwenn sekou.
PRO 14:27 Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi, pou moun ka evite pèlen lanmò yo.
PRO 14:28 Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa, men afè prens ki manke moun gate nèt.
PRO 14:29 Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann; men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.
PRO 14:30 Yon kè trankil se lavi pou kò a; men pasyon fè tout zo yo pouri.
PRO 14:31 Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li; men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.
PRO 14:32 Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.
PRO 14:33 Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan; menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.
PRO 14:34 Ladwati leve yon nasyon; men peche se yon gwo wont pou yon pèp.
PRO 14:35 Favè a wa a se anvè sèvitè ki aji ak sajès; men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.
PRO 15:1 Yon repons ki dous kalme kòlè; men yon mo sevè pwovoke gwo fache.
PRO 15:2 Lang a saj la gen pou mèt, konesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
PRO 15:3 Zye a SENYÈ a tout kote; L ap veye sa ki bon ak sa ki mal.
PRO 15:4 Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi; men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.
PRO 15:5 Yon moun ensanse refize disiplin a papa l; men sila ki aksepte repwòch gen sajès.
PRO 15:6 Gran richès twouve nan kay a moun dwat yo; men gwo twoub se salè a mechan an.
PRO 15:7 Lèv a moun saj yo gaye konesans; men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.
PRO 15:8 Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.
PRO 15:9 Chemen mechan an abominab a SENYÈ a; men Li renmen sila ki chache ladwati a.
PRO 15:10 Pinisyon byen di ap tann sila ki abandone chemen an; sila ki rayi korije a va mouri.
PRO 15:11 Sejou mò yo ak labim nan parèt devan zye SENYÈ a; konbyen, anplis, pou kè a lòm!
PRO 15:12 Sila ki moke a pa renmen sila ki fè l repwòch la; li pa janm ale kote moun saj.
PRO 15:13 Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi; men lè kè a tris, lespri a vin brize.
PRO 15:14 Lespri a moun entèlijan an chache konesans; men bouch a moun sòt la, manje foli.
PRO 15:15 Tout jou aflije yo move; men yon kè kontan se yon fèt ki pa janm sispann.
PRO 15:16 Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a, pase gwo richès ak gwo twoub ladann.
PRO 15:17 Pi bon se yon plato legim avèk lanmou, pase yon bèf gra ak rayisman.
PRO 15:18 Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli; men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.
PRO 15:19 Wout a parese a se tankou yon ran pikan; men pa a moun dwat la se yon gran chemen.
PRO 15:20 Yon fis ki saj fè papa l kontan; men yon gason ensanse meprize manman l.
PRO 15:21 Foli se gwo plezi pou sila ki manke bon konprann nan; men yon nonm ak bon konprann mache dwat.
PRO 15:22 San konsèy, plan yo vin jennen; men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.
PRO 15:23 Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis, e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!
PRO 15:24 Wout lavi a mennen moun saj la anwo, pou l kab evite Sejou mò k ap tann li anba a.
PRO 15:25 SENYÈ a va demoli kay moun ògeye a; men L ap etabli lizyè vèv la.
PRO 15:26 Plan mechan yo abominab a SENYÈ a; men pawòl agreyab yo san tach.
PRO 15:27 Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li; men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.
PRO 15:28 Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons; men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.
PRO 15:29 SENYÈ a lwen mechan an; men Li tande lapriyè a moun dwat yo.
PRO 15:30 Zye klè fè kè kontan; bòn nouvèl konn mete grès sou zo.
PRO 15:31 Zòrèy k ap koute repwòch ap viv; zòrèy ki koute koreksyon ap alèz pami saj yo.
PRO 15:32 Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li; men sila ki koute repwòch ranmase bon konprann.
PRO 15:33 Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès; avan onè, fòk imilite.
PRO 16:1 Plan kè a sòti nan lòm; men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.
PRO 16:2 Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li; men SENYÈ a peze sa k nan kè l.
PRO 16:3 Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a, e plan ou yo va etabli.
PRO 16:4 SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li; menm mechan yo pou jou jijman an.
PRO 16:5 Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a; anverite, li p ap chape anba pinisyon.
PRO 16:6 Pa lanmou dous avèk verite, inikite lave; e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.
PRO 16:7 Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan, l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.
PRO 16:8 Pi bon se piti ak ladwati pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.
PRO 16:9 Panse a lòm fè plan pou wout li; men SENYÈ a dirije pa li yo.
PRO 16:10 Se desizyon diven ki nan lèv a wa a; bouch li pa dwe fè erè nan jijman.
PRO 16:11 Yon balans ki jis apatyen a Bondye; li veye sou tout pwa nan sak yo.
PRO 16:12 Se abominab pou wa yo komèt zak mechan, paske yon twòn etabli sou ladwati.
PRO 16:13 Lèv ki dwat se plezi a wa yo; e sila ki pale dwat, vin renmen.
PRO 16:14 Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò; men yon nonm saj va kalme li.
PRO 16:15 Nan vizaj a yon wa briye lavi; e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan.
PRO 16:16 A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò! Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.
PRO 16:17 Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal; sila ki veye chemen li an prezève lavi li.
PRO 16:18 Ògèy ale devan destriksyon e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.
PRO 16:19 Li pi bon pou rete enb nan lespri avèk sila ki ba yo, pase divize piyaj ak moun ògeye yo.
PRO 16:20 Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon; beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
PRO 16:21 Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann; e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.
PRO 16:22 Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l; men pou disipline moun ensanse yo se foli.
PRO 16:23 Kè moun saj la enstwi bouch li; li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.
PRO 16:24 Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl; dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.
PRO 16:25 Gen wout ki parèt bon a yon nonm; men fen li se lanmò.
PRO 16:26 Apeti a yon ouvriye fè byen pou li; paske se grangou ki ankouraje l.
PRO 16:27 Yon sanzave fòmante mechanste; pawòl li yo brile tankou dife wouj.
PRO 16:28 Yon nonm pèvès gaye konfli, e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.
PRO 16:29 Yon nonm vyolan ap tante vwazen li pou l mennen li nan move chemen.
PRO 16:30 Sila kap bay zye dou, fè l pou l kab mennen bagay pèvès; sila ki fèmen sere lèv li, fè mal la rive.
PRO 16:31 Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa; li jwenn nan chemen ladwati a.
PRO 16:32 Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo; e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila ka p kaptire yon gran vil.
PRO 16:33 Tiraj osò fèt nan fon wòb; men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.
PRO 17:1 Pi bon se yon mòso pen sèch ak lapè pase yon kay ak gwo manje nan konfli.
PRO 17:2 Yon sèvitè ki aji avèk sajès va renye sou yon fis ki aji ak wont; li va pataje eritaj la pami frè yo.
PRO 17:3 Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò; men SENYÈ a ap sonde tout kè.
PRO 17:4 Yon malfektè koute lèv mechan yo; yon mantè prete atansyon a yon lang k ap detwi.
PRO 17:5 Sila ki moke malere a moke Kreyatè li; sila ki rejwi nan malè a, p ap soti san pinisyon.
PRO 17:6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun, e glwa a fis yo se papa yo.
PRO 17:7 Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse, bokou mwens lèv k ap manti sou yon prens.
PRO 17:8 Vèse kòb anba tab se tankou wanga pou mèt li; nenpòt kote li vire, li byen reyisi.
PRO 17:9 Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou; men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.
PRO 17:10 Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nan pase anpil kou sou yon moun ensanse.
PRO 17:11 Yon nonm rebèl se mal l ap chache; konsa, yon mesaje byen sovaj va voye kont li.
PRO 17:12 Pito yon nonm rankontre yon lous fewòs ki separe de pitit li, pase yon moun ensanse nan mitan foli li.
PRO 17:13 Pou sila ki remèt mal pou byen an, mal la p ap janm kite lakay li.
PRO 17:14 Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo; konsa, kite kont lan avan l kòmanse.
PRO 17:15 Sila ki bay rezon a mechan an, ni sila ki kondane moun dwat la; tou de abominab a SENYÈ a.
PRO 17:16 Poukisa gen kòb nan men moun ensanse a pou l achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?
PRO 17:17 Yon zanmi renmen tout tan; yon frè fèt pou move tan.
PRO 17:18 Yon nonm ki manke konprann sèvi garanti, e devni responsab nan prezans a vwazen li.
PRO 17:19 Sila ki renmen vyole lalwa a renmen konfli; sila ki awogan an, chache gwo dega.
PRO 17:20 Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon, e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.
PRO 17:21 Sila ki fè pitit ki san konprann nan, fè l nan tristès; e papa a yon moun ensanse pa gen kè kontan.
PRO 17:22 Yon kè kontan se bon remèd; men yon lespri brize seche tout zo.
PRO 17:23 Yon nonm mechan an resevwa kòb anba tab an sekrè; pou l tòde chemen lajistis.
PRO 17:24 Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan; men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.
PRO 17:25 Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l, ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.
PRO 17:26 Anplis, li pa bon pou pini moun dwat la, ni pou frape prens yo akoz entegrite yo.
PRO 17:27 Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans; e sila ki gen lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.
PRO 17:28 Menm yon moun ensanse, lè l rete an silans, konsidere kon saj; lè l fèmen lèv li, li parèt rezonab.
PRO 18:1 Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l; bon jijman an pa anyen devan l.
PRO 18:2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann; men sèlman nan devwale pwòp panse li.
PRO 18:3 Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l; e avèk dezonè, wont vin parèt.
PRO 18:4 Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon dlo byen fon; dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.
PRO 18:5 Panche vè yon moun mechan an pa bon, ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.
PRO 18:6 Lèv a yon moun ensanse mennen konfli; bouch li ap mande kou.
PRO 18:7 Bouch a moun san konprann nan se dega li; e lèv li se pèlen pou nanm li.
PRO 18:8 Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan se tankou bonbon ki gen gou dous; se jis nan fon kò a yo desann.
PRO 18:9 Anplis, sila ki parese nan travay li a se frè a sila ki detwi a.
PRO 18:10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
PRO 18:11 Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò; kon yon miray byen wo nan panse li.
PRO 18:12 Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy; men imilite ale devan onè.
PRO 18:13 Sila ki bay repons avan li koute a; plen foli ak wont.
PRO 18:14 Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi; men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?
PRO 18:15 Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans; anplis, zòrèy a saj la chache konesans.
PRO 18:16 Don a yon nonm fè kont espas pou li, e mennen li devan moun enpòtan.
PRO 18:17 Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon; jiskaske yon lòt moun vin egzamine l.
PRO 18:18 Tiraj osò fè konfli sispann; l ap pran desizyon antre moun pwisan yo.
PRO 18:19 Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye; konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl.
PRO 18:20 Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li; l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.
PRO 18:21 Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan; e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.
PRO 18:22 Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay, e twouve favè SENYÈ a.
PRO 18:23 Malere a pale: “Souple, fè m gras”; men moun rich la reponn byen di.
PRO 18:24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt; men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.
PRO 19:1 Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.
PRO 19:2 Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans, ni pou prese rive fè fo pa.
PRO 19:3 Foli a yon nonm fè chemen l gate; e kè li anraje kont SENYÈ a.
PRO 19:4 Richès fè zanmi ogmante anpil; men malere pèdi zanmi li yo.
PRO 19:5 Yon fo temwen pa prale san pinisyon; e sila ki fè manti a, p ap chape.
PRO 19:6 Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri; tout moun se zanmi a sila ki bay kado.
PRO 19:7 Tout frè a malere yo a rayi li; konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l. L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.
PRO 19:8 Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li. Sila ki kenbe ak bon konprann nan va jwenn sa ki bon.
PRO 19:9 Yon fo temwen pa prale san pinisyon; epi sila ki bay manti a, va peri.
PRO 19:10 Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse; bokou mwens pou yon esklav ta gen otorite sou prens yo.
PRO 19:11 Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè; se glwa li pou bliye yon transgresyon.
PRO 19:12 Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò; men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.
PRO 19:13 Se yon fis plen foli k ap detwi papa l, e yon madanm k ap diskite a se tankou dlo kap degoute san rete.
PRO 19:14 Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa; men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.
PRO 19:15 Parès va voye yon pwofon somèy sou moun, e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
PRO 19:16 Sila ki kenbe kòmandman an kenbe nanm li, men sila ki enpridan nan kondwit va mouri.
PRO 19:17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
PRO 19:18 Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa; pa chache lanmò li.
PRO 19:19 Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li; paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.
PRO 19:20 Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou kab vin saj pou tout rès vi ou.
PRO 19:21 Plan nan kè lòm yo anpil; men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.
PRO 19:22 Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous. Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.
PRO 19:23 Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi ak kè satisfè, san kontamine ak mal.
PRO 19:24 Parese a fouye men l nan plato a; men li refize rale l rive nan bouch li.
PRO 19:25 Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri; repwòch a yon moun bon konprann, va fè l genyen konesans.
PRO 19:26 Sila ki atake papa li e chase manman l ale, se yon fis ki fè wont ak dega patou.
PRO 19:27 Sispann koute disiplin, fis mwen an e ou va pèdi chemen konesans.
PRO 19:28 Yon temwen ki fè dezòd moke lajistis; e bouch mechan an gaye inikite.
PRO 19:29 Gen desizyon jijman pou mokè yo; ak kou pou do a moun ensanse yo.
PRO 20:1 Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten; nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.
PRO 20:2 Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò; sila ki fè l fache va pèdi lavi l.
PRO 20:3 Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respè; alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.
PRO 20:4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn; akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
PRO 20:5 Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon; men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.
PRO 20:6 Gen anpil moun ki pwomèt fidelite; men kibò pou jwenn yon nonm onèt?
PRO 20:7 Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l; A la beni fis ki vini apre li yo beni!
PRO 20:8 Yon wa ki chita sou twòn lajistis fè tout mal sove ale ak pwòp zye l.
PRO 20:9 Se kilès ki kapab di: “Mwen te netwaye kè m; mwen vin pirifye de tout peche m?”
PRO 20:10 Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis; tou de abominab a SENYÈ a.
PRO 20:11 Menm yon ti moun vinrekonèt pa zèv li; si li aji byen e si kondwit li dwat.
PRO 20:12 Zòrèy ki tande ak zye ki wè; se SENYÈ a ki te fè tou de.
PRO 20:13 Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere; ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.
PRO 20:14 “Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a; men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.
PRO 20:15 Gen lò ak tout kalite bijou; men lèv plen konesans se pi bèl bagay.
PRO 20:16 Lè l sèvi garanti pou yon enkoni, pran manto li; epi pou fanm andeyò a, fè papye pwose vèbal pou sa li pwomèt la.
PRO 20:17 Pen konn twouve nan bay manti dous; men pita, bouch la plen gravye.
PRO 20:18 Fè tout plan ak konsiltasyon; fè lagè ak konsèy saj.
PRO 20:19 Sila ki difame moun devwale sekrè; pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.
PRO 20:20 Sila ki modi papa li oswa manman li an, lanp li va etenn nan tan fènwa.
PRO 20:21 Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.
PRO 20:22 Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”; tann SENYÈ a, e Li va sove ou.
PRO 20:23 Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis; tou de abominab a SENYÈ a.
PRO 20:24 Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a; konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?
PRO 20:25 Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans: “Sa sen!” e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.
PRO 20:26 Yon wa ki saj va vannen mechan yo e fè wou moulen pase anwo yo.
PRO 20:27 Lespri a lòm se lanp SENYÈ a, ki chache pati ki pi entim nan li yo.
PRO 20:28 Fidelite ak verite prezève wa a, e ladwati bay twòn li an soutyen.
PRO 20:29 Glwa a jèn yo se fòs yo, e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.
PRO 20:30 Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste; li frape rive nan pati pi fon yo.
PRO 21:1 Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a; Li vire l kote Li vle.
PRO 21:2 Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li; men SENYÈ a peze kè yo.
PRO 21:3 SENYÈ a pito ladwati ak lajistis plis pase sakrifis.
PRO 21:4 Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy; lanp a mechan yo se peche.
PRO 21:5 Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj; men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
PRO 21:6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
PRO 21:7 Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati, akoz yo refize aji ak jistis.
PRO 21:8 Chemen a yon moun koupab kwochi; men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
PRO 21:9 Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.
PRO 21:10 Nanm a mechan an vle mal; vwazen li an pa twouve gras nan zye l.
PRO 21:11 Lè mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj; men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.
PRO 21:12 Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an, afè mechan an vin detwi nèt.
PRO 21:13 Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a, va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.
PRO 21:14 Yon kado vèse an sekrè kalme fachez, e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.
PRO 21:15 Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat; men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
PRO 21:16 Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan, va jwenn repo nan asanble mò yo.
PRO 21:17 Sila ki renmen plezi, va vin pòv; sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
PRO 21:18 Mechan an se yon ranson pou moun dwat yo; e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe dyanm.
PRO 21:19 Li pi bon pou rete nan dezè pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
PRO 21:20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la; men, moun san konprann nan vale tout.
PRO 21:21 Sila ki swiv ladwati ak fidelite a jwenn lavi, ladwati ak lonè.
PRO 21:22 Yon nonm saj monte sou miray vil pwisan, e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
PRO 21:23 Sila ki veye bouch li ak lang li pwoteje nanm li kont gwo twoub.
PRO 21:24 Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè; men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.
PRO 21:25 Se volonte a parese a ki fè l mouri, paske men li refize travay;
PRO 21:26 Gen moun tout lajounen k ap anvi yon bagay, pandan moun dwat yo ap vèse bay san rete.
PRO 21:27 Sakrifis mechan yo abominab; se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.
PRO 21:28 Yon fo temwen va peri; men sila ki koute verite a va pale ak letènite.
PRO 21:29 Moun mechan an afiche yon figi brav; men pou moun ladwati a, chemen li an sèten.
PRO 21:30 Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.
PRO 21:31 Cheval la prepare pou jou batay la; men viktwa a se nan men SENYÈ a.
PRO 22:1 Yon bon non pi bon pase tout richès; e favè Bondye, pase ajan ak lò.
PRO 22:2 Rich la ak malere a mare ansanm; se SENYÈ a ki fè yo tout.
PRO 22:3 Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li; men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
PRO 22:4 Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a se richès, bon repitasyon, ak lavi.
PRO 22:5 Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo; sila ki veye nanm li, va rete lwen yo.
PRO 22:6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale, e lè li vin gran, li p ap kite li; menm lè l granmoun, li p ap kite li.
PRO 22:7 Rich yo domine sou pòv yo, e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
PRO 22:8 Sila ki simen inikite a va rekòlte vanite; e baton kòlè li a va detwi.
PRO 22:9 Sila ki bay ak men louvri va beni; paske li bay manje a malere.
PRO 22:10 Mete moun k ap moke moun yo deyò, e diskisyon an prale tou; wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.
PRO 22:11 Sila ki renmen kè ki san tach e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.
PRO 22:12 Zye a SENYÈ a konsève konesans; men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo.
PRO 22:13 Parese a di: “Gen yon lyon deyò a; m ap mouri nan lari!”
PRO 22:14 Bouch a fanm adiltè a se yon fòs byen fon; sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.
PRO 22:15 Foli mare nan kè a yon timoun; baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
PRO 22:16 Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li; ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
PRO 22:17 Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo; epi aplike ou a konesans mwen.
PRO 22:18 Paske sa va byen agreyab pou ou si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
PRO 22:19 Pou konfyans ou kapab nan SENYÈ a, mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
PRO 22:20 Èske mwen pa t ekri ou trant bèl bagay, de konsèy ak konesans yo?
PRO 22:21 Pou fè ou konnen vre pawòl verite yo, pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
PRO 22:22 Pa vòlè malere a paske li pòv, ni kraze aflije nan pòtay la;
PRO 22:23 paske, SENYÈ a va plede ka yo e pran lavi a sila ki vòlè yo.
PRO 22:24 Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè; oswa ale ak yon moun kolerik,
PRO 22:25 sinon, ou va aprann mès li yo e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
PRO 22:26 Pa konte pami sila ki sèvi kon garanti yo, pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
PRO 22:27 Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye, poukisa ou ta kite l rale kabann nan sòti anba ou?
PRO 22:28 Pa deplase ansyen bòn ke papa zansèt nou yo te mete a.
PRO 22:29 Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li? Li va kanpe devan wa yo; li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.
PRO 23:1 Lè ou chita sou tab ak yon moun ki gouvènè, konsidere byen sa ki devan ou.
PRO 23:2 Konsa, mete yon kouto sou gòj ou si ou se yon nonm ak gwo lanvi.
PRO 23:3 Pa dezire bon manje sa yo, paske se yon repa desepsyon.
PRO 23:4 Pa fatige kò ou pou jwenn richès; sispann reflechi sou sa.
PRO 23:5 Depi ou mete zye ou sou li, l ale. Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg k ap vole vè syèl yo.
PRO 23:6 Pa manje pen a yon mesye ki chich, ni anvi bèl bagay li;
PRO 23:7 paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye. Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.
PRO 23:8 Ou va vomi mòso ke ou te manje a e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.
PRO 23:9 Pa pale nan zòrèy a moun sòt, paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.
PRO 23:10 Pa deplase ansyen bòn nan, ni antre nan chan òfelen yo,
PRO 23:11 Paske Redanmtè yo a pwisan. Li va plede ka yo kont ou.
PRO 23:12 Aplike kè ou a disiplin ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.
PRO 23:13 Pa ralanti disiplin sou yon timoun; malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.
PRO 23:14 Ou va frape li ak baton pou delivre nanm li de sejou mò yo.
PRO 23:15 Fis mwen an, si kè ou saj, pwòp kè m va kontan tou.
PRO 23:16 Wi, jis anndan m va rejwi lè lèv ou pale sa ki dwat.
PRO 23:17 Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo, men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
PRO 23:18 Anverite, gen davni, e espwa ou p ap anile.
PRO 23:19 Koute, fis mwen an, vin saj pou dirije kè ou nan chemen an.
PRO 23:20 Pa bwè twòp diven, ni fè voras nan manje vyann;
PRO 23:21 paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv; e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
PRO 23:22 Koute papa ou ki te fè ou a, e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
PRO 23:23 Achte verite e pa vann li! Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.
PRO 23:24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil, e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
PRO 23:25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan; kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
PRO 23:26 Ban m kè ou, fis mwen an; kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.
PRO 23:27 Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon, e yon fanm adiltè se yon ti pwi etwat.
PRO 23:28 Anverite, li kache veye tankou vòlè, pou l ogmante enfidelite pami lòm.
PRO 23:29 Se kilès ki gen gwo pwoblèm? Se kilès ki gen tristès? Se kilès ki gen konfli? Se kilès kap plenyen? Se kilès ki blese san rezon? Se kilès ki gen zye wouj?
PRO 23:30 Sila ki mize sou diven an, sila ki ale goute diven mele an.
PRO 23:31 Pa gade diven an lè l wouj, lè l fè klè nan tas la, lè l desann byen dous.
PRO 23:32 Nan dènye moman an, li mòde tankou sèpan; li brile tankou bouch koulèv.
PRO 23:33 Zye ou va wè bagay ki dwòl, e panse ou va twouble anpil.
PRO 23:34 Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè, oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.
PRO 23:35 “Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen! Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa! Lè m leve, m ap chache pou m kab bwè ankò.”
PRO 24:1 Pa fè anvi a moun mechan, ni dezire pou avèk yo;
PRO 24:2 paske panse yo fòmante vyolans e lèv yo pale inikite.
PRO 24:3 Avèk sajès, kay la bati e avèk bon konprann, li vin etabli.
PRO 24:4 Pa konesans, chanm yon moun vin ranpli avèk tout bèl kalite richès.
PRO 24:5 Yon nonm saj byen fò, e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.
PRO 24:6 Paske ak konsèy saj ou va fè lagè, e ak konseye an abondans, gen viktwa.
PRO 24:7 Sajès twò wo pou moun ensanse a; li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
PRO 24:8 Yon moun ki fè plan pou fè mal, moun va rele li magouyè.
PRO 24:9 Fòmante foli se peche, e mokè a abominab a tout moun.
PRO 24:10 Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.
PRO 24:11 Delivre sila k ap mennen vè lanmò a, ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a. O, kenbe yo!
PRO 24:12 Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”; èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè? Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an? Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
PRO 24:13 Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon; wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.
PRO 24:14 Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou; si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.
PRO 24:15 Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan, kont kote ke moun dwat la rete a. Pa detwi kote repo li a;
PRO 24:16 paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò, men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.
PRO 24:17 Pa rejwi lè lènmi ou tonbe. Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;
PRO 24:18 Oswa, SENYÈ a va wè l, vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.
PRO 24:19 Pa twouble tèt ou pou malveyan yo, ni fè lanvi pou mechan yo,
PRO 24:20 paske pou yon nonm mechan, pa gen avni. Lanp a mechan an va etenn nèt.
PRO 24:21 Fis mwen an, gen lakrent SENYÈ a ak wa a; pa asosye ak sila ki pa stab yo,
PRO 24:22 paske, malè yo va leve vit. Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.
PRO 24:23 Sila yo, anplis, se pawòl a sajès: Fè patipri nan jijman pa bon.
PRO 24:24 Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”, pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;
PRO 24:25 men pou sila ki repwoche mechan yo, l ap wale byen ak yo. Bon benediksyon va tonbe sou yo.
PRO 24:26 Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.
PRO 24:27 Prepare tout travay ou a deyò; byen prepare chan ou. Apre, alò, bati kay ou.
PRO 24:28 Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz, e pa bay manti ak lèv ou.
PRO 24:29 Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa; mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”
PRO 24:30 Mwen te pase nan chan parese a; akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.
PRO 24:31 Epi gade byen, li te plen ak raje pikan, e kouvri ak move zèb, Miray an wòch la te fin kraze nèt.
PRO 24:32 Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa; mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.
PRO 24:33 “Yon ti dòmi, yon ti somèy, yon ti pliye men pou repoze,”
PRO 24:34 Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè; ak bezwen tankou yon bandi ak zam.
PRO 25:1 Sila yo se Pwovèb a Salomon yo ke mesye Ézéchias yo, wa Juda a te dechifre.
PRO 25:2 Se glwa Bondye pou kache yon bagay; men se glwa a wa yo pou chache konprann yon bagay.
PRO 25:3 Tankou syèl la nan wotè a, ak tè a nan pwofondè a, se konsa kè a wa a ensondab.
PRO 25:4 Retire vye kras sou ajan k ap fonn nan, e va sòti metal pi pou òfèv la.
PRO 25:5 Retire mechan an devan wa a, e twòn li an va etabli nan ladwati.
PRO 25:6 Pa reklame bèl repitasyon nan prezans a wa a, e pa kanpe nan plas a moun pwisan yo;
PRO 25:7 paske li pi bon pou yo di ou: “Vin monte isit la”, olye pou ou ta oblije desann piba nan prezans a prens lan, ke zye ou te wè.
PRO 25:8 Pa fè vit lantre nan tribinal pou diskite ka ou; anfen, sa ou va fè lè vwazen ou fè ou desann nèt.
PRO 25:9 Diskite pwòp ka pa ou devan vwazen ou, e pa devwale sekrè a yon lòt,
PRO 25:10 oswa sila ki tande ou a, va fè ou repwòch, e move rapò sou ou menm p ap janm disparèt.
PRO 25:11 Tankou pòm an lò ki monte sou ajan, se konsa yon mo byen plase nan moman li.
PRO 25:12 Tankou yon zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.
PRO 25:13 Tankou fredi lanèj nan lè rekòlt, se konsa yon mesaje fidèl ye a sila ki voye l yo, paske li rafrechi nanm a mèt li yo.
PRO 25:14 Tankou nwaj ak van san lapli, se konsa yon nonm ki ogmante don li yo ak manti.
PRO 25:15 Ak pasyans, yon chèf ka vin pèswade; se yon lang dous ki kase zo.
PRO 25:16 Èske ou te jwenn siwo myèl? Manje sèlman kont ou, pou ou pa gen twòp pou vomi li.
PRO 25:17 Kite pye ou raman pile lakay vwazen ou, sinon li va fatige avè w, e vin rayi ou.
PRO 25:18 Tankou gwo baton, nepe, oswa flèch file, se konsa yon nonm ki pote fo temwen kont vwazen li.
PRO 25:19 Tankou yon move dan ak yon pye ki pa estab, se konsa konfyans nan yon nonm enfidèl nan tan gwo twoub.
PRO 25:20 Tankou yon moun ki retire rad li nan jou fredi, oswa tankou vinèg sou poud bikabonat, se konsa sila ki chante chan ak kè twouble yo ye.
PRO 25:21 Si lènmi ou grangou, ba li manje; epi si li swaf, ba li dlo pou l bwè;
PRO 25:22 paske, ou va anpile chabon tou limen sou tèt li, e SENYÈ a va bay ou rekonpans.
PRO 25:23 Van nò pote lapli e yon lang medizan, pote yon move vizaj.
PRO 25:24 Li pi bon pou viv nan yon kwen twati pase nan yon kay avèk yon fanm k ap fè kont tout tan.
PRO 25:25 Tankou dlo frèt pou yon nanm fatige, se konsa yon bòn nouvèl ki sòti nan yon peyi lwen.
PRO 25:26 Tankou yon sous ki foule anba pye ak yon pwi kontamine, se konsa yon nonm dwat ki bay plas a mechan an.
PRO 25:27 Li pa bon pou bwè anpil siwo myèl, ni li pa bon pou chache pwòp glwa pa w.
PRO 25:28 Tankou yon gran vil ki kase antre san miray, se konsa yon nonm ki pa kontwole pwòp tèt li.
PRO 26:1 Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt, se konsa respè pa merite rive sou yon moun ensanse.
PRO 26:2 Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li, se konsa yon madichon san koz p ap poze.
PRO 26:3 Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la, ak baton pou do a moun ensanse a.
PRO 26:4 Pa reponn yon moun ensanse selon foli li, oswa ou va vin tankou li.
PRO 26:5 Reponn yon moun ensanse selon foli li merite, pou l pa vin saj nan pwòp zye li.
PRO 26:6 Li koupe pwòp pye li, e bwè vyolans, ki voye yon mesaj pa men a moun ensanse a.
PRO 26:7 Tankou janm ki initil pou moun bwate a, se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ensanse.
PRO 26:8 Tankou yon moun ki mare wòch anndan fistibal se konsa sila ki bay respè a moun ensanse a.
PRO 26:9 Tankou yon pikan ki tonbe nan men yon moun k ap bwè gwòg, se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ki ensanse.
PRO 26:10 Tankou moun ak banza k ap blese tout moun, se konsa sila ki anplwaye moun ensanse a, ak sila ki anplwaye sila k ap pase pa aza a.
PRO 26:11 Tankou yon chen ki retounen nan vomi li, se konsa yon moun ensanse kap repete foli li.
PRO 26:12 Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li? Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.
PRO 26:13 Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a! Yon lyon nan plas la!”
PRO 26:14 Tankou pòt la vire sou gon li, se konsa parese a sou kabann li.
PRO 26:15 Parese a fouye men l nan plato a; men l twò fatige pou fè l ankò rive nan bouch li.
PRO 26:16 Parese a pi saj nan pwòp zye li pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.
PRO 26:17 Tankou yon moun ki pran yon chen pa zòrèy, se konsa sila k ap pase pa aza a, pou l gaye nan goumen ki pa apatyen a li menm nan.
PRO 26:18 Tankou yon moun fou k ap jete bwa dife, flèch ak lanmò,
PRO 26:19 se konsa nonm ki tronpe vwazen li an pou di: “Èske se pa blag mwen t ap fè?”
PRO 26:20 Akoz mank bwa, dife a etenn; lè ti koze sispann, rayisman vin kalme.
PRO 26:21 Tankou chabon tou limen anvè sann cho, ak bwa anvè dife, se konsa yon moun tchenpwèt chofe pwoblèm pou limen konfli.
PRO 26:22 Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan, vin tankou bèl ti mòso delika. Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.
PRO 26:23 Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan, se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.
PRO 26:24 Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li; men nan kè l, li fè depo desepsyon.
PRO 26:25 Lè l pale byen dous, pa kwè l; paske, gen sèt abominasyon nan kè l.
PRO 26:26 Malgre rayisman kouvri kò l ak riz, mechanste li va devwale devan asanble a.
PRO 26:27 Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann, e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.
PRO 26:28 Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo, e zèv a lang flatè a se dega.
PRO 27:1 Pa vin ògeye sou bagay demen, paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.
PRO 27:2 Kite yon lòt moun ba ou lwanj, e pa fè ak pwòp bouch ou. Kite l fèt pa yon ou pa konnen, e pa de pwòp lèv ou.
PRO 27:3 Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa; men moun ensanse k ap anmède a pi lou pase yo tou de.
PRO 27:4 Fachez rèd fè move. Kòlè se yon inondasyon. Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi.
PRO 27:5 Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.
PRO 27:6 Fidèl se blese a yon zanmi; men twonpri se bo a yon ènmi.
PRO 27:7 Moun vant plen rayi siwo myèl; men pou sila ki grangou, nenpòt bagay anmè vin dous.
PRO 27:8 Tankou yon zwazo ki egare nich li, se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.
PRO 27:9 Lwil ak pafen fè kè kontan; se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.
PRO 27:10 Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou. Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou. Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.
PRO 27:11 Sèvi ak sajès, fis mwen, e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.
PRO 27:12 Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l; men sila ki fou a avanse pou peye pri a.
PRO 27:13 Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni, e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a.
PRO 27:14 Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an, sa va rekonèt kon madichon pou li.
PRO 27:15 Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli avèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan:
PRO 27:16 Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van, oswa sezi lwil ak men dwat li.
PRO 27:17 Se fè ki file fè; se konsa yon nonm file zanmi l.
PRO 27:18 Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li, e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè.
PRO 27:19 Tankou nan dlo, figi reflete figi, konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l.
PRO 27:20 Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè; ni zye a lòm pa janm satisfè.
PRO 27:21 Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò; konsa, yon nonm rafine pa lwanj ke l resevwa.
PRO 27:22 Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud, tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.
PRO 27:23 Konnen byen kondisyon a bann mouton ou yo, e okipe twoupo ou yo;
PRO 27:24 paske richès pa la pou tout tan, ni yon kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.
PRO 27:25 Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse, e zèb mòn yo fin ranmase.
PRO 27:26 Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou, e kabrit yo va mennen pri a yon chan.
PRO 27:27 Lèt kabrit ap kont pou manje ou, pou manje tout lakay ou, ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.
PRO 28:1 Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo; men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
PRO 28:2 Pa transgresyon a yon pèp, chèf peyi yo vin anpil; men lòd etabli pa yon nonm bon konprann ak konesans.
PRO 28:3 Yon moun pòv ki peze malere se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.
PRO 28:4 Sila ki abandone lalwa a bay lwanj a moun mechan; men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.
PRO 28:5 Moun mechan yo pa konprann lajistis; men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.
PRO 28:6 Pi bon se malere ki mache ak ladwati a pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
PRO 28:7 Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann; men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.
PRO 28:8 Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan, ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.
PRO 28:9 Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a, menm lapriyè li abominab.
PRO 28:10 Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an va li menm tonbe nan pwòp fòs li; men sila ki san tò a, va gen bon eritaj.
PRO 28:11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l; men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.
PRO 28:12 Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa; men lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.
PRO 28:13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè; men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
PRO 28:14 A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a! Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.
PRO 28:15 Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake, se konsa yon chèf mechan ye sou yon pèp malere.
PRO 28:16 Yon gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann; men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.
PRO 28:17 Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun va yon fijitif jiskaske li mouri. Pinga pèsòn ba li soutyen.
PRO 28:18 Sila ki mache san tò a va delivre; men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.
PRO 28:19 Sila ki laboure tè a va gen anpil manje; men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.
PRO 28:20 Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon; men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
PRO 28:21 Montre patipri pa bon, paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.
PRO 28:22 Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès e li pa konnen kisa k ap rive li.
PRO 28:23 Sila ki bay yon moun repwòch va jwenn plis favè pase sila ki fè flatè ak lang li an.
PRO 28:24 Sila ki vòlè papa li oswa manman l epi di: “Sa pa yon transgresyon”, se parèy ak yon moun ki detwi.
PRO 28:25 Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
PRO 28:26 Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou; men sila ki mache ak sajès la va delivre.
PRO 28:27 Sila ki bay a malere a p ap janm manke; men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.
PRO 28:28 Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo; men lè yo peri moun dwat yo vin plis.
PRO 29:1 Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch va vin kraze sibitman san remèd.
PRO 29:2 Lè moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi; men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.
PRO 29:3 Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan; men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.
PRO 29:4 Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab; men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.
PRO 29:5 Yon nonm ki flate vwazen li ap ouvri filè pou pla pye li.
PRO 29:6 Pa transgresyon yon nonm mechan vin pran nan pyèj nèt; men moun dwat la va chante e rejwi.
PRO 29:7 Moun ladwati a gen kè pou dwa malere; men mechan an pa menm konprann afè sa a.
PRO 29:8 Mokè yo, fè gwo vil la pran dife; men moun saj yo kalme kòlè.
PRO 29:9 Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann, moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.
PRO 29:10 Moun k ap vèse san rayi inosan an; men moun dwat yo pwoteje lavi li.
PRO 29:11 Moun san konprann toujou fache; men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.
PRO 29:12 Si gouvènè a prete atansyon a manti, tout minis li yo va vin mechan.
PRO 29:13 Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble; se SENYÈ a ki mete limyè nan zye tou de.
PRO 29:14 Si yon wa jije pòv yo ak verite, twòn li va etabli jis pou tout tan.
PRO 29:15 Baton ak repwòch bay sajès; men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
PRO 29:16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante; men moun dwat yo va wè tonbe yo.
PRO 29:17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò; anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.
PRO 29:18 Kote nanpwen vizyon, pèp la san fren; men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.
PRO 29:19 Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav; paske malgre li konprann, li p ap reponn.
PRO 29:20 Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi? Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
PRO 29:21 Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a, nan lafen, twouve yon fis.
PRO 29:22 Yon nonm an kòlè pwovoke konfli e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.
PRO 29:23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba; men yon lespri enb va jwenn respè.
PRO 29:24 Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li; li pran sèman an men li pa pale anyen.
PRO 29:25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.
PRO 29:26 Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a; men lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.
PRO 29:27 Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat, yon nonm ladwati abominab a mechan yo.
PRO 30:1 Pawòl a Agur, fis a Jaké a, pwofèt la: nonm nan pale Ithiel, a Ithiel ak Ucal:
PRO 30:2 “Anverite, mwen pi bèt pase tout moun e mwen pa gen konprann a yon nonm.
PRO 30:3 Mwen pa t aprann sajès, ni mwen pa gen konesans a Sila Ki Sen an.
PRO 30:4 Kilès ki te monte nan syèl la e te desann? Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li? Kilès ki te vlope dlo nan vètman li? Kilès ki te etabli tout pwent tè yo? Ki non li e ki non fis Li a? Asireman, ou konnen!
PRO 30:5 “Tout pawòl Bondye pase a leprèv; Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.
PRO 30:6 Pa ogmante sou pawòl Li yo, oswa Li va repwoche ou e ou va fè prèv ke se yon mantè ou ye.
PRO 30:7 “De bagay m te mande ou yo; pa refize m yo avan m mouri:
PRO 30:8 Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen. Pa ban m richès ni povrete. Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,
PRO 30:9 pou m pa vin plen e refize rekonèt Ou pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’ oswa, pou m ta manke, vin vòlè e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.
PRO 30:10 “Pa pale mal yon esklav a mèt li, sinon li va modi ou, e ou va twouve koupab.
PRO 30:11 Gen yon kalite moun ki modi papa li e refize beni manman l.
PRO 30:12 Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li; sepandan, yo poko lave pou sòti salte a.
PRO 30:13 Gen yon kalite—O, jan zye li leve wo, e pòpyè zye li leve ak awogans.
PRO 30:14 Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe ak machwè tankou kouto, ki prèt pou devore aflije sou fas tè yo, e fè moun malere yo disparèt pami moun.
PRO 30:15 “Sansi a gen de fi: ‘Ban mwen’ ak ‘Ban m’. “Gen twa bagay ki pa janm satisfè, menm kat ki refize di: ‘Se kont’:
PRO 30:16 Sejou Lanmò a, vant fanm esteril la, latè a ki pa janm jwenn dlo ase, ak dife ki pa janm di: ‘Se kont’.
PRO 30:17 “Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, kòbo nan vale a va vin rache l, e jenn èg yo va manje li.
PRO 30:18 “Gen twa bagay ki twò bèl pou mwen, kat ke m pa konprann:
PRO 30:19 Vòl a yon èg nan syèl la, pa sèpan an sou wòch, chemen gwo bato a nan mitan lanmè, ak manèv a yon jennonm ak yon fi.
PRO 30:20 “Men konsa chemen a fanm adiltè a: Li manje, li siye bouch li e li pale klè: ‘Mwen pa t fè mal’.
PRO 30:21 “Anba twa bagay, latè tranble, e anba kat, li pa ka kenbe:
PRO 30:22 Anba yon esklav lè li vin wa, ak yon moun fou lè l vin satisfè ak manje,
PRO 30:23 anba yon fanm neglije lè l jwenn mari, ak yon sèvant lè l pran plas mètrès kay la.
PRO 30:24 “Kat bagay ki tou piti sou latè, men yo plen sajès:
PRO 30:25 Foumi se pa yon pèp ki fò; men yo prepare manje yo nan gran sezon.
PRO 30:26 Chat mawon se pa yon pèp pwisan; men yo fè kay yo nan wòch.
PRO 30:27 Krikèt volan yo pa gen wa; men yo parèt byen alinye.
PRO 30:28 Zandolit ke ou kab kenbe nan men ou; sepandan, li antre nan palè a wa a.
PRO 30:29 “Gen twa bagay ki mache parèt bèl, menm kat ki bèl lè yo mache:
PRO 30:30 Lyon ki pwisan pami bèt yo, e ki pa fè bak devan okenn bèt;
PRO 30:31 Jan kòk mache a, menm ak mal kabrit, o yon wa lè lame parèt avè l.
PRO 30:32 “Si ou te fè foli nan leve tèt ou byen wo, oswa si ou te fè konplo pou mal, mete men ou sou bouch ou.
PRO 30:33 Paske lèt k ap laboure vin fè bè, ak peze nen pote san; se konsa laboure kòlè pwodwi konfli.”
PRO 31:1 Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a:
PRO 31:2 “O fis mwen an! O fis a vant mwen an! O fis a ve mwen yo!
PRO 31:3 Pa bay fòs ou a fanm, ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo.
PRO 31:4 Se pa pou wa yo, O Lemuel, se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,
PRO 31:5 Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la, e tòde dwa a sila ki aflije yo.
PRO 31:6 Bay bwason fò a sila k ap peri a, ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
PRO 31:7 Kite li bwè pou bliye mizè li e pa sonje pwoblèm li ankò.
PRO 31:8 Ouvri bouch ou pou bèbè a; pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
PRO 31:9 Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati, e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”
PRO 31:10 Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li? Paske valè li depase bijou.
PRO 31:11 Kè a mari li mete konfyans nan li e li p ap manke reyisi.
PRO 31:12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal pandan tout jou lavi li.
PRO 31:13 Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.
PRO 31:14 Li tankou bato komès; li mennen manje li soti byen lwen.
PRO 31:15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou bay manje a tout lakay li, ak yon pòsyon pou sèvant li yo.
PRO 31:16 Li konsidere yon chan e achte li. Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.
PRO 31:17 Li mare senti l ak gwo fòs pou fè bra li vin fò.
PRO 31:18 Li santi ke siksè li bon; lanp li pa janm etenn lannwit.
PRO 31:19 Li lonje men l vè aparèy tise a e men l kenbe l.
PRO 31:20 Li lonje men l vè pòv yo avèk sila ki gen bezwen an.
PRO 31:21 Lakay li pa fè krent pou lanèj, paske tout lakay abiye an wouj.
PRO 31:22 Li fè kouvèti pou tèt li; tout vètman li se twal fen blan ak mov.
PRO 31:23 Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo, lè l chita pami ansyen a peyi yo.
PRO 31:24 Li fè vètman an len pou vann yo, e founi sentiwon a tout komèsan yo.
PRO 31:25 Fòs ak respè se abiman li e li souri a lavni.
PRO 31:26 Li ouvri bouch li avèk sajès e enstriksyon ladousè sou lang li.
PRO 31:27 Li gade byen tout afè lakay li e li pa manje pen laparès.
PRO 31:28 Pitit li yo leve e beni li; mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:
PRO 31:29 “Anpil fi te fè byen bon; men ou pi bon anpil pase yo tout.”
PRO 31:30 Cham konn twonpe e bèlte konn vanite; men se fanm nan ki krent SENYÈ a k ap resevwa lwanj.
PRO 31:31 Ba li sa ke men l te pwodwi, epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.
ECC 1:1 Pawòl predikatè a, fis a David la, Wa Jérusalem.
ECC 1:2 “Vanite sou vanite”, predikatè la di: “Vanite sou vanite! Tout se vanite.”
ECC 1:3 Ki avantaj yon nonm gen nan tout travay ke li fè anba solèy la?
ECC 1:4 Yon jenerasyon ale e yon jenerasyon vini; men tè a rete pou tout tan.
ECC 1:5 Anplis, solèy la leve e solèy la kouche; konsa li kouri al jwenn plas li pou li leve la ankò.
ECC 1:6 Van an soufle vè sid, vire kote nò e kontinye vire fè wonn li. Sou menm kous vire won an, li retounen ankò.
ECC 1:7 Tout rivyè yo desann vè lanmè a; sepandan li pa vin plen. Nan plas kote rivyè yo koule a, se la yo koule ankò.
ECC 1:8 Tout bagay sa yo fatigan; lòm pa kapab menm eksplike sa. Zye pa satisfè ak wè, ni zòrèy ak tande.
ECC 1:9 Sa ki te ye, se sa ki va ye e sa ki te konn fèt, se sa k ap fèt. Konsa, nanpwen anyen ki nèf anba syèl la.
ECC 1:10 Èske gen yon bagay sou sila a nou ta kab di: “Men sa a nèf”? Deja, li te la depi syèk ki te ekoule avan nou yo.
ECC 1:11 Nanpwen memwa a ansyen bagay yo, ni anplis a sila k ap vini pita, pami sila ki vini apre yo.
ECC 1:12 Mwen menm, predikatè a, te sèvi kon wa sou Israël nan Jérusalem.
ECC 1:13 Mwen te konsantre tout refleksyon mwen pou chache e egzamine sou sajès tout sa ki te konn fèt anba syèl la. Sa se yon gwo tach lou ke Bondye te bay fis a lòm yo pou l ta aflije yo.
ECC 1:14 Mwen te wè tout zèv ki te fèt anba solèy la e, men vwala, tout se vanite e chache kouri dèyè van.
ECC 1:15 Sa ki kwochi p ap ka drese e sa ki manke p ap ka konte.
ECC 1:16 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Men gade, mwen te fè sajès vin grandi e ogmante plis pase tout lòt wa ki te sou Jérusalem avan mwen yo. Wi, panse mwen te obsève anpil richès ak sajès avèk konesans.”
ECC 1:17 Mwen te dirije panse mwen pou konnen sajès e pou konnen sa ki ensanse ak sa ki foli nèt. Konsa, mwen te vin wè ke sa osi se chache kouri dèyè van.
ECC 1:18 Paske nan anpil sajès gen anpil tristès, e nan anpil konesans gen anpil doulè.
ECC 2:1 Mwen te di nan tèt mwen: “Vini koulye a, mwen va teste ou ak plezi. Pou sa, fè kè ou kontan.” Epi sa osi se te vanite.
ECC 2:2 Mwen te di de afè ri, “Sa se foli,” e de plezi, “Kisa l ap akonpli?”
ECC 2:3 Mwen te fè ankèt ak panse m kòman pou eksite kò m ak diven pandan panse m ap gide m ak sajès ak jan pou kenbe foli, jiskaske mwen ta kapab wè sa ki bon ki genyen pou fis a lòm yo fè anba syèl la pandan ti kras ane ke y ap viv yo.
ECC 2:4 Mwen te agrandi zèv mwen yo. Mwen te bati kay pou mwen; mwen te plante chan rezen pou mwen.
ECC 2:5 Mwen te fè jaden ak bèl plas pou tèt mwen e mwen te plante ladann yo tout kalite pye fwi.
ECC 2:6 Mwen te fè gwo basen dlo pou tèt mwen pou awoze yon forè bwa ki t ap grandi.
ECC 2:7 Mwen te achte esklav, ni mal ni femèl e mwen te genyen ki te fèt lakay mwen. Anplis mwen te genyen bann mouton avèk twoupo pi gran pase tout wa ki te Jérusalem avan m yo.
ECC 2:8 Anplis, mwen te ranmase ajan ak lò pou pwòp tèt mwen ansanm ak trezò a wa yo ak pwovens pa yo. Mwen te founi pou pwòp tèt mwen chantè, ni mal, ni femèl, e tout plezi a lòm yo—anpil konkibin.
ECC 2:9 Epi mwen te vin gran, pi gran pase tout wa ki te avan m Jérusalem yo. Konsa, sajès mwen te kanpe avè m.
ECC 2:10 Tout sa ke zye m te anvi, mwen pa t refize yo. Mwen pa t refize kè m okenn plezi li te vle, paske kè m te kontan akoz tout zèv mwen yo, e sa se te rekonpans pou tout travay mwen yo.
ECC 2:11 Konsa, mwen te konsidere tout zèv men m te konn fè yo, avèk travay ke m te fòse fè yo, men gade byen, tout te vanite ak kouri dèyè van, e pa t gen okenn avantaj anba solèy la.
ECC 2:12 Konsa mwen te vire konsidere sajès, afè moun ensanse menm ak foli; paske se kisa yon nonm ki swiv wa sila a ka fè, sinon sa ki te konn fèt deja?
ECC 2:13 Epi mwen te wè ke sajès toujou genyen sou vanite, tankou limyè genyen sou tenèb.
ECC 2:14 Zye a mesye saj la anndan tèt li; men moun ensanse a mache nan tenèb. Sepandan, mwen konnen ke se menm desten ki va rive yo tou de.
ECC 2:15 Konsa, mwen rive di tèt mwen: “Kon desten a moun ensanse a, se konsa l ap rive m. Alò, poukisa mwen te fòse fè anpil sajès?” Alò, pou sa mwen te di tèt mwen: “Sa, anplis, se vanite.”
ECC 2:16 Paske nanpwen okenn memwa k ap sonje nonm saj la, menm jan pou ensanse a, akoz nan tout jou k ap vini yo, tout moun va bliye yo nèt. Epi konsa, nonm saj la ak ensanse a mouri tou de!
ECC 2:17 Pou sa, mwen te rayi lavi, paske travay ki te fèt anba syèl la te yon doulè pou mwen; paske tout bagay se kòve ak kouri dèyè van.
ECC 2:18 Konsa, mwen te rayi tout fwi a travay mwen yo, pou sila mwen te fè efò anba solèy la; paske mwen ap oblije kite li bay nonm nan k ap swiv mwen an.
ECC 2:19 Epi se kilès ki konnen si li va saj, oswa moun fou? Malgre li va gen kontwòl sou tout fwi travay mwen. Pou sila mwen te fòse fè ak sajès yo, anba solèy la. Sa, anplis, se vanite.
ECC 2:20 Pou sa, mwen te pèdi espwa nèt a tout fwi a zèv mwen pou sila mwen te travay anba solèy la.
ECC 2:21 Kote ki genyen yon nonm ki te travay ak sajès, konesans ak kapasite, alò, li va kite eritaj li a yon moun ki pa t travay pou yo. Sa osi se vanite ak yon gwo mal.
ECC 2:22 Paske se kisa ke yon nonm jwenn pou tout travay li, nan efò ke li te fòse fè anba solèy la?
ECC 2:23 Paske tout jou li yo, travay li plen ak doulè ak chagren; menm nan lannwit tèt li pa jwenn repo. Sa tou, se vanite.
ECC 2:24 Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye.
ECC 2:25 Paske se kilès ki ka manje, e kilès ki ka jwenn plezi li plis pase m?
ECC 2:26 Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.
ECC 3:1 Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—
ECC 3:2 Yon tan pou ne, yon tan pou mouri; yon tan pou plante, ak yon tan pou dechouke sa ki plante a.
ECC 3:3 Yon tan pou touye e yon tan pou geri; yon tan pou demoli e yon tan pou bati.
ECC 3:4 Yon tan pou kriye e yon tan pou ri; yon tan pou fè dèy e yon tan pou danse.
ECC 3:5 Yon tan pou voye wòch e yon tan pou ranmase wòch; yon tan pou anbrase e yon tan pou evite anbrase.
ECC 3:6 Yon tan pou chache e yon tan pou pèdi. Yon tan pou konsève, e yon tan pou jete.
ECC 3:7 Yon tan pou chire e yon tan pou koude; yon tan pou rete an silans e yon tan pou pale.
ECC 3:8 Yon tan pou fè lanmou e yon tan pou rayisman; yon tan pou fè lagè e yon tan pou fè lapè.
ECC 3:9 Ki avantaj ouvriye a genyen nan tout efò ke li fè yo?
ECC 3:10 Mwen te wè tach ke Bondye te bay a fis a lòm yo, avèk sila yo okipe tèt yo.
ECC 3:11 Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.
ECC 3:12 Mwen konnen ke pa gen pi bon bagay pou yo ta fè pase rejwi e fè byen pandan yo gen lavi a.
ECC 3:13 Anplis, pou tout moun ki manje ak bwè yo wè bonte Bondye nan tout travay li yo—se don Bondye sa ye.
ECC 3:14 Mwen konnen ke tout sa Bondye fè va dire pou tout tan. Nanpwen anyen pou mete sou li e nanpwen anyen pou retire sou li, paske Bondye te tèlman travay pou lòm ta gen lakrent Li.
ECC 3:15 Sa ki egziste, te la deja e sa ki va ye, te ye deja. Konsa, Bondye chache jwenn sa ki fin pase.
ECC 3:16 Anplis, mwen te wè anba solèy la ke nan plas lajistis gen mechanste; e nan plas ladwati gen mechanste.
ECC 3:17 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Bondye va jije ni sila ki dwat la, ni sila ki mechan an,” paske gen yon tan pou chak zèv ak chak bagay.
ECC 3:18 Mwen te di pwòp tèt mwen selon fis a lòm yo: “Anverite, Bondye te fè yo pase a leprèv pou yo ta wè ke se tankou bèt ke yo ye.”
ECC 3:19 Paske desten a fis a lòm yo ak desten a bèt yo se menm. Tankou youn mouri, konsa lòt la mouri. Anverite, yo tout gen menm souf la, e nanpwen avantaj pou lòm sou bèt yo, paske tout se vanite.
ECC 3:20 Tout ale menm kote. Tout te sòti nan pousyè a, e tout ap retounen nan pousyè a.
ECC 3:21 Se kilès ki ka konnen ke souf a lòm monte anwo e souf a bèt yo desann anba tè?
ECC 3:22 Mwen te wè ke nanpwen anyen ki pi bon pou lòm ta fè pase fè kè kontan nan tout sa li fè, paske se konsa sò a tonbe pou li. Paske se kilès ki ka fè l wè sa ki va vin rive apre li?
ECC 4:1 Konsa, mwen te gade ankò sou tout zèv k ap oprime moun anba solèy la. Epi gade byen, mwen te wè dlo nan zye a oprime yo, e yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Sou kote a sila ki t ap oprime yo, te gen gwo pouvwa; men, yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman.
ECC 4:2 Pou sa, mwen te felisite tout sila ki fin mouri deja yo, olye sila k ap viv yo.
ECC 4:3 Men pi beni pase tou de nan yo se sila ki pa t janm egziste a, ki pa t wè tout mechanste ki konn fèt anba solèy la.
ECC 4:4 Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.
ECC 4:5 Moun ensanse a pliye men l e manje pwòp chè li.
ECC 4:6 Yon men plen repo se miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.
ECC 4:7 Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la.
ECC 4:8 Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm konn mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.
ECC 4:9 De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo.
ECC 4:10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a.
ECC 4:11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe?
ECC 4:12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.
ECC 4:13 Yon jennjan ki malere men ki gen sajès, miyò pase yon ansyen wa ki ensanse, e ki pa konn resevwa konsèy.
ECC 4:14 Paske li te sòti nan prizon pou vin wa, malgre li te fèt malere nan wayòm li an.
ECC 4:15 Mwen te wè tout sa k ap viv anba solèy la kouri bò kote dezyèm jennjan ki ranplase li an.
ECC 4:16 Pèp la p ap janm fini; tout moun ki te avan yo, ni sila k ap vini pita yo p ap kontan avèk li. Anverite, sa osi se vanite ak kouri dèyè van.
ECC 5:1 Veye pa ou yo pandan w ap desann lakay Bondye a, e vin toupre pou koute olye ofri sakrifis a moun ensanse yo. Paske yo pa konnen ke se mal y ap fè.
ECC 5:2 Pa fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil.
ECC 5:3 Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon moun ensanse, ak anpil pawòl.
ECC 5:4 Lè ou fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la!
ECC 5:5 Li pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l.
ECC 5:6 Pa kite pawòl ou yo fè ou fè peche, e pa di nan prezans a mesaje Bondye a ke ou te mal pale. Poukisa Bondye ta dwe vin fache akoz vwa ou, e detwi tout zèv men ou yo?
ECC 5:7 Paske nan fè anpil rèv ak nan anpil pawòl, gen yon gwo vid. Pito gen lakrent Bondye.
ECC 5:8 Si ou wè malere a vin oprime e pa gen lajistis nan pwovens yo, pa sezi lè ou wè l. Paske gen chèf sou chèf, e gen chèf pi wo sou yo.
ECC 5:9 Apre tout bagay, yon wa ki kiltive latè se yon avantaj pou peyi a.
ECC 5:10 Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite.
ECC 5:11 Lè bon bagay ogmante, sila ki manje yo ogmante. Konsa, pa gen lòt avantaj pou mèt yo, sof ke kanpe veye?
ECC 5:12 Dòmi a ouvriye a dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi.
ECC 5:13 Gen yon gwo mechanste ke m konn wè anba solèy la: richès sere pa mèt li jiskaske li rive donmaje pwòp tèt li.
ECC 5:14 Lè richès sa yo te pèdi akoz yon move envestiman, e li vin papa a yon fis; alò, nanpwen anyen pou ba li.
ECC 5:15 Kon li soti nan vant manman li toutouni an; se konsa li va retounen jan li te sòti a. Li p ap pote anyen nan men l kon fwi travay li.
ECC 5:16 Sa anplis se yon gwo malè—menm jan yon nonm fèt la, se konsa l ap mouri. Alò, kote avantaj pou sila k ap travay di nan van an?
ECC 5:17 Pandan tout lavi li, li manje nan tenèb ak gwo chagren, maladi ak kòlè.
ECC 5:18 Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki rekonpans li.
ECC 5:19 Anplis, menm jan pou tout moun ke Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a.
ECC 5:20 Konsa, se pa souvan ke moun nan va konsidere ane lavi li yo, paske Bondye kenbe l okipe tout tan ak rejwisans kè li.
ECC 6:1 Gen yon mal ke m konn wè anba syèl la e ki gaye patou pami lòm—
ECC 6:2 Yon nonm ke Bondye fin bay richès, byen ak lonè, jiskaske nanm li pa manke anyen nan tout sa ke li dezire. Men Bondye pa kite li manje ladann, paske yon etranje ap jwi benefis yo. Sa se vanite ak gwo malè.
ECC 6:3 Si yon nonm fè yon santèn timoun e viv anpil ane, malgre fòs kantite ke yo kapab ye, men nanm li pa janm satisfè ak bon bagay, e li pa menm ka fè yon bon antèman; alò, mwen di: “Pito li te sòti kon foskouch nan vant li.”
ECC 6:4 Paske li parèt an ven e non li vin kouvri nan fènwa.
ECC 6:5 Li pa janm wè solèy la, e li p ap janm konnen anyen; li pi bon pase lòt la.
ECC 6:6 Menm si lòt la viv pandan mil ane de fwa e pa rejwi de bon bagay—èske se pa tout moun ki ale menm kote a?
ECC 6:7 Tout travay a lòm se pou satisfè bouch li; malgre sa, apeti li pa janm satisfè.
ECC 6:8 Paske, se ki lavantaj yon nonm saj genyen sou yon moun san konprann? Ki lavantaj malere a genyen nan konnen jan pou mache devan sila ki vivan yo?
ECC 6:9 Sa ke zye wè pi bon pase sa ke nanm dezire. Sa tou, se san rezon ak kouri dèyè van.
ECC 6:10 Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li pa ka goumen ak sila ki pi fò pase l.
ECC 6:11 Paske, gen anpil pawòl ki ogmante vanite. Alò, se ki lavantaj pou yon nonm?
ECC 6:12 Paske kilès ki konnen sa ki bon pou yon nonm pandan lavi li, pandan ti kras ane lavi li ki san rezon an? Li va pase yo tankou lonbraj. Paske se kilès ki ka di sa k ap rive apre li anba solèy la?
ECC 7:1 Yon bon non pi bon pase yon pomad swa, e jou mouri pi bon pase jou nou te ne a.
ECC 7:2 Li pi bon pou ale nan kay k ap fè dèy pase nan kay k ap fè fèt; paske se konsa ke chak moun va fini, e sila ki vivan an pran sa a kè.
ECC 7:3 Tristès pi bon pase ri; paske lè figi moun nan tris, kè a vin pi bon.
ECC 7:4 Panse a saj la anndan lakay k ap fè dèy; men panse a san konprann nan kay plezi.
ECC 7:5 Li pi bon pou koute repwòch a yon nonm saj pase pou yon moun ta koute chanson a moun san konprann yo.
ECC 7:6 Paske tankou bwa pikan sèch pete nan dife; se konsa lè yon nonm ensanse ap ri; epi sa anplis se vanite.
ECC 7:7 Paske chantay ka fè yon nonm saj vin fou, e lajan anba tab fè kè vin konwonpi.
ECC 7:8 Lè yon bagay fin fèt, li pi bon pase lè l te kòmanse a. Pasyans nan lespri pi bon pase awogans lespri a.
ECC 7:9 Pa chofe kè ou pou vin fache; paske fache rete nan kè a moun ensanse.
ECC 7:10 Pa di: “Poukisa jou lontan yo te pi bon pase jodi a”? Paske nanpwen sajès nan kesyon sa a.
ECC 7:11 Sajès ansanm ak eritaj bon, e se yon avantaj pou sila ki konn wè solèy yo.
ECC 7:12 Paske sajès se yon pwotèj, menm ke lajan se yon pwotèj la; men avantaj a bon konprann nan se ke sajès va prezève lavi a sila ki genyen l.
ECC 7:13 Konsidere zèv Bondye yo, paske se kilès ki ka drese sa ke Li menm te koube?
ECC 7:14 Nan jou bonè yo fè kè kontan; men nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.
ECC 7:15 Mwen te wè tout bagay pandan tout jou vanite mwen yo; gen yon nonm dwat ki mouri nan ladwati, ak yon nonm mechan ki fè vi li long ak mechanste li a.
ECC 7:16 Pa fè eksè nan ladwati, ni pa vin twò saj. Poukisa ou ta detwi pwòp tèt ou?
ECC 7:17 Pa fè eksè nan mechanste, ni pa vin ensanse. Poukisa ou ta vle mouri avan lè ou?
ECC 7:18 Li bon pou ou ta kenbe pran yon bagay san ou pa lage lòt la; paske sila ki gen lakrent Bondye a ap vini ak tou de.
ECC 7:19 Sajès ranfòse yon nonm saj plis pase dis gwo chèf ki nan yon vil.
ECC 7:20 Anverite, nanpwen yon moun dwat sou latè ki fè sa ki bon tout tan, e ki pa janm peche.
ECC 7:21 Anplis, pa pran a kè tout pawòl ki pale, sof ke ou ta tande sèvitè ou lè l ap bay ou madichon.
ECC 7:22 Paske ou vin konprann ke ou menm tou anpil fwa konn bay moun madichon.
ECC 7:23 Mwen te tante fè tout sa ak sajès e mwen te di: “Mwen va saj”, men sa te chape lwen mwen.
ECC 7:24 Sa ki te konn egziste vin lwen, e se yon mistè menm. Se kilès ki ka dekouvri li?
ECC 7:25 Mwen te dirije panse m pou konnen; pou fè ankèt e chache sajès avèk rezon, e pou konnen mechanste se foli; e foli menm rive fè moun fou.
ECC 7:26 Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men pechè a va vin kaptire anba l.
ECC 7:27 “Gade byen, se sa mwen dekouvri,” predikatè a di: “Ajoute yon bagay a yon lòt pou twouve konprann.”
ECC 7:28 Sou sila m toujou ap chache a, men m poko jwenn; mwen te twouve yon nonm pami mil, men mwen pa t jwenn fanm pami tout sa yo.
ECC 7:29 Men gade, se sèl sa mwen dekouvri; Bondye te fè lòm kanpe dwat, men yo chache anpil manèv pou vin koube.
ECC 8:1 Se kilès ki tankou nonm saj ki konnen sans a yon bagay? Sajès a yon nonm klere li e fè vizaj sevè li a vin briye.
ECC 8:2 Mwen di: “Swiv lòd wa a akoz sèman ki te fèt devan Bondye a.
ECC 8:3 Pa prese abandone lòd li. Pa jwenn ou menm nan yon move konbinezon, paske l ap fè nenpòt sa ki fè li plezi.”
ECC 8:4 Akoz pawòl a wa a pote otorite, se kilès ki va di l: “Kisa w ap fè la a?”
ECC 8:5 Sila ki swiv yon kòmand wayal pa jwenn twoub; paske yon kè saj konnen tan ak mwayen ki bon pou aji.
ECC 8:6 Paske gen yon tan ak mwayen ki bon pou chak plezi, malgre pwoblèm moun an peze lou sou li.
ECC 8:7 Si pa gen pèsòn ki konnen ki sa k ap vin rive, se kilès ki ka di li kilè li va rive.
ECC 8:8 Nanpwen moun ki ka sèvi ak van pou anpeche van, ni ki gen otorite sou jou lanmò a; epi pa gen lese tonbe ni kite nan tan lagè, ni mal la kap fèt p ap delivre sila ki fè l yo.
ECC 8:9 Tout sa mwen konn wè yo, e konn aplike panse m a tout zèv ki te fèt anba solèy la, kote moun sèvi otorite l sou lòt pou fè mal la.
ECC 8:10 Konsa, mwen konn wè mechan yo antere, menm sila ki te konn antre sòti nan lye sen yo, e ase vit yo vin bliye nèt nan menm vil kote yo te aji konsa a. Sa tou, se vanite.
ECC 8:11 Akoz jijman kont yon zak mechan pa rive ase vit; akoz sa, kè fis a lòm nan ki rete pami yo vin dedye nèt pou fè mal.
ECC 8:12 Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo.
ECC 8:13 Men, sa pa prale byen pou moun mechan an, e li p ap pwolonje jou li yo tankou yon lonbraj, paske li pa gen lakrent Bondye.
ECC 8:14 Gen yon vanite ki fèt sou latè, sa vle di, gen moun dwat ki vin viktim a mechan yo. Yon lòt kote, gen moun mechan an ki vin tonbe akoz zèv moun dwat yo. Mwen di sa anplis se vanite.
ECC 8:15 Pou sa, mwen te rekòmande plezi; paske, pa gen anyen pou yon nonm anba solèy la fè sof ke manje, bwè, e fè plezi; epi sa va fè l kanpe nan travay di li diran tout jou lavi, ke Bondye te bay li anba solèy la.
ECC 8:16 Lè mwen te bay kè m pou aprann sajès ak pou m wè tach ki te konn fèt sou tè a, (malgre sa ta fè yon moun pa janm dòmi ni lajounen, ni lannwit),
ECC 8:17 konsa, lè mwen te wè tout zèv Bondye te fè, mwen te vin aprann ke lòm p ap kapab dekouvri travay ki te konn fèt anba syèl la. Malgre lòm ta chache ak tout dilijans, li p ap twouve li. Malgre yon nonm saj ta di: “Mwen konnen”, li p ap ka dekouvri li.
ECC 9:1 Paske, tout sa mwen te pote kon fado nan kè m pou eksplike li; ke moun dwat yo, moun saj yo, avèk tout zèv yo nan men Bondye. Lòm pa konnen si se lanmou, oswa rayisman; nenpòt bagay kapab tann li.
ECC 9:2 Se menm bagay la pou tout moun. Gen yon sèl desten pou moun dwat yo ak mechan yo; pou bon an, pou moun san tach la, ak pou enpi a; pou sila ki ofri sakrifis ak sila ki pa ofri sakrifis la. Tankou sila ki dwat ak pechè a menm jan; tankou sila ki fè sèman an, se konsa sila ki refize sèmante a ye.
ECC 9:3 Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo.
ECC 9:4 Paske, nenpòt moun ki jwenn ansanm ak lòt vivan yo gen espwa; anverite, yon chen vivan pi bon pase yon lyon ki mouri.
ECC 9:5 Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt.
ECC 9:6 Anverite, lanmou yo, rayisman yo, ak fòs kouraj yo deja fin mouri, e yo pa gen pati ankò nan tout sa ki fèt anba solèy la.
ECC 9:7 Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a.
ECC 9:8 Kite tout vètman ou yo rete blan tout tan, e pa kite lwil la manke sou tèt ou.
ECC 9:9 Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la.
ECC 9:10 Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
ECC 9:11 Anplis, mwen te wè anba solèy la ke kous la pa pou moun ki rapid la, ni batay la pa pou gwo gèrye yo, ni pen pou saj la, ni richès a sila ki byen konprann nan, ni favè a moun abil; paske tan avèk jan tout bagay dewoule vin genyen yo tout.
ECC 9:12 Anplis, lòm pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman.
ECC 9:13 Sa osi, mwen te vin konprann kon sajès anba solèy la, e li te etone panse m.
ECC 9:14 Te gen yon ti vil ak kèk grenn moun ladann. Yon gran wa te parèt sou li, te antoure li, e te konstwi zam syèj kont li.
ECC 9:15 Men te twouve ladann yon malere byen saj; li te delivre vil la avèk sajès li. Men pa t gen pèsòn ki te sonje moun malere sila a.
ECC 9:16 Konsa mwen te di: “Sajès pi bon pase pwisans.” Men sajès a malere a meprize, e pou pawòl li, pèsòn pa tande yo.
ECC 9:17 Pawòl a saj k ap koute lè tout bagay kalm pi bon pase vwa chèf k ap rele fò nan mitan moun ensanse.
ECC 9:18 Sajès pi bon ke zam lagè; men yon sèl pechè detwi anpil ki bon.
ECC 10:1 Mouch mouri bay lwil pafen yon move odè; Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa pou depase sajès ak respè.
ECC 10:2 Kè a yon moun saj mennen li adwat, men kè a moun san konprann nan mennen l agoch.
ECC 10:3 Menm lè ensanse a mache nan lari li manke bon tèt. Li montre tout moun ke se moun fou li ye.
ECC 10:4 Si kòlè a wa a vin monte kont ou, pa abandone pozisyon ou; paske rete kalm ka evite gwo ofans.
ECC 10:5 Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a——
ECC 10:6 Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba.
ECC 10:7 Mwen konn wè esklav ki monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav.
ECC 10:8 Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray.
ECC 10:9 Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje.
ECC 10:10 Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!
ECC 10:11 Si sèpan an mòde avan li vin chame, nanpwen pwofi.
ECC 10:12 Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;
ECC 10:13 Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz.
ECC 10:14 Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo. Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li.
ECC 10:15 Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.
ECC 10:16 Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa; ak prens yo k ap fè fèt granmaten.
ECC 10:17 Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs, e non pou fè banbòch vin sou.
ECC 10:18 Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann, e nan enpridans kay la vin koule.
ECC 10:19 Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo, diven pou fè kè kontan; epi lajan se repons pou tout bagay.
ECC 10:20 Anplis, nan chanm a kouche ou, pa bay wa a madichon; e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon. Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a, e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.
ECC 11:1 Voye pen ou sou sifas dlo, e apre anpil jou, ou va twouve l.
ECC 11:2 Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm; paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè.
ECC 11:3 Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè; epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò, kote li tonbe a, se la l ap kouche.
ECC 11:4 Sila ki veye van an p ap simen; ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.
ECC 11:5 Menm jan ke ou pa konnen chemen van an, ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan, se konsa ou pa konnen zèv Bondye ki fè tout bagay la.
ECC 11:6 Simen semans ou nan maten an; ni pa gaspiye tan nan aswè. Paske ou pa janm konnen si se nan maten oswa nan aswè semans lan ap reyisi; ni si se pa tou de k ap bon.
ECC 11:7 Limyè a byen bèl, e li bon pou zye wè solèy la.
ECC 11:8 Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane, kite li rejwi li nan yo tout; men pa kite l bliye jou tenèb yo, paske yo va anpil. Tout sa ki gen pou vini se vanite.
ECC 11:9 Rejwi jennonm, pandan jenès ou, e kite kè ou rete kontan pandan ane de laj jenès ou yo. Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, men konnen byen ke Bondye va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.
ECC 11:10 Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste pou l pa nan kè ou, e fè mal rete lwen chè ou; paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.
ECC 12:1 Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo, avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di: “Mwen pa pran plezi nan yo;”
ECC 12:2 Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa, e nwaj yo retounen apre lapli yo;
ECC 12:3 nan jou ke gadyen kay la tranble a, e mesye pwisan yo vin koube a. Lè sila k ap moule yo rete san travay akoz anpil nan yo ki manke, e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.
ECC 12:4 Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba, e yon moun va leve ak son zwazo a, epi tout fi chanson yo va rete ba.
ECC 12:5 Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas ak gwo danje k ap vini a. Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la, e dezi gason an pa ka. Paske lòm nan ap prale nan kay etènèl li a, pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.
ECC 12:6 Sonje Li avan kòd ajan an kase, e bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann, e wou sitèn nan vin kraze.
ECC 12:7 Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a, e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.
ECC 12:8 “Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”
ECC 12:9 Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje anpil pwovèb.
ECC 12:10 Predikatè a te chache jwenn bèl mo pou ekri pawòl verite yo byen kòrèk.
ECC 12:11 Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.
ECC 12:12 Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou.
ECC 12:13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun.
ECC 12:14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.
SOL 1:1 Kantik A Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.
SOL 1:2 Kite l bo m ak bo bouch li! Paske lanmou ou bon pase diven.
SOL 1:3 Lwil pafen ou yo santi bon. Non ou menm se tankou lwil kap vide; se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.
SOL 1:4 Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm! Wa a mennen m nan chanm li yo. Lòt Yo “Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan; nou va leve lanmou ou wo plis pase diven. Jenn Fi a Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”
SOL 1:5 Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl, O fi a Jérusalem yo, tankou tant Kédar yo, tankou rido a Salomon yo.
SOL 1:6 Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa; solèy la brile m konsa. Fis a manman m yo te byen fache avè m; Yo te fè m gadyen chan rezen yo. Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.
SOL 1:7 Pale mwen, ou menm nan ke nanm mwen tèlman renmen; ki kote ou fè patiraj twoupo ou a? Ki kote ou konn fè l kouche a midi? Paske poukisa mwen ta tankou yon moun ki vwale figi li nan kote twoupo zanmi ou yo?
SOL 1:8 Si ou menm, ou pa konnen, O pi bèl pami tout fanm yo; janbe swiv wout twoupo a, e fè patiraj pou jenn kabrit ou yo akote tant bèje ou yo.
SOL 1:9 Pou mwen, cheri mwen an, ou tankou pi bèl poulich pami sa kap rale cha Farawon an.
SOL 1:10 Bò figi ou byen bèl ak zanno, kou ou ak bèl kolye.
SOL 1:11 Nou va fè pou ou dekorasyon an lò anbeli ak pwent an ajan tou won.
SOL 1:12 Pandan wa a te sou tab li, pafen mwen te rive kote l ak bèl odè.
SOL 1:13 Sila ke m renmen an se yon pòch pafen; fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.
SOL 1:14 Cheri mwen an se yon grap flè jasmen byen plase nan chan rezen En-Guédi yo.
SOL 1:15 “Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl! Zye ou tankou toutrèl yo.”
SOL 1:16 Gade jan ou bèl e byen agreyab, cheri mwen an; anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou.
SOL 1:17 Pilye kay nou se bwa sèd e travès yo se bwa pen.
SOL 2:1 Mwen se flè Woz Saron an, flè Lis a vale yo.
SOL 2:2 Tankou yon flè lis pami pikan yo, se konsa cheri mwen an ye pami tout jenn fi yo.
SOL 2:3 Tankou yon pye pòm pami bwa nan forè, se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo. Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita; konsa fwi li te dous nan gou m.
SOL 2:4 Li te mennen m nan gwo sal bankè li, e drapo li monte sou mwen an se lanmou.
SOL 2:5 Ban m fòs ak gato rezen, rafrechi m ak pòm, akoz mwen malad ak lanmou.
SOL 2:6 Kite men goch li rete anba tèt mwen ak men dwat li pou l anbrase m.
SOL 2:7 M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou m leve, ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.
SOL 2:8 Koute! Men cheri mwen an! Men l ap vini! L ap monte sou mòn yo, epi vòltije sou kolin yo!
SOL 2:9 Cheri mwen an tankou yon antilòp, oswa yon jenn sèf. Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an; l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.
SOL 2:10 Cheri mwen an te reponn mwen e te di m: “Leve vini cheri mwen an, pi bèl mwen an.
SOL 2:11 Paske gade, sezon fredi a fin pase, lapli fin pati nèt.
SOL 2:12 Flè yo deja parèt nan peyi a; tan chante a fin rive! Vwa toutrèl la ap koute deja nan peyi a.
SOL 2:13 Fwi pye fig etranje a fin mi, e chan rezen yo bay odè pafen. Leve vini, annou pati!”
SOL 2:14 O toutrèl nan fant wòch mwen an, nan kote sekrè chemen ki monte apik, kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou! Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt.
SOL 2:15 Kenbe rena yo pou nou, ti rena k ap detwi chan rezen yo, paske chan nou yo ap fè flè.
SOL 2:16 Cheri mwen an se pa m, e mwen se pa l. Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
SOL 2:17 Jiskaske joune a vin fè fre lè lonbraj yo kouri ale; vire, cheri mwen an, fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.
SOL 3:1 Sou kabann mwen, pandan nwit lan, mwen te chache sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
SOL 3:2 Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la; nan ri yo ak nan plas yo. Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
SOL 3:3 Gadyen ki fè tou vil la te twouve m. Mwen te mande l: “Èske ou konn wè sila ke nanm mwen renmen an?”
SOL 3:4 Lè m fenk kite yo mwen te jwenn sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m, pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.
SOL 3:5 M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou leve ni ouvri zye l jiskaske se plezi li.
SOL 3:6 Se kisa k ap monte kite dezè a tankou pilye lafimen yo, byen pafime ak fèy bazilik ak lansan, plen ak poud santi bon machann yo?
SOL 3:7 Gade byen, se kanape vwayaj Salomon k ap monte; swasant òm pwisan kap antoure l, mesye pwisan Israël yo.
SOL 3:8 Yo tout ki konn manyen nepe, ki fò nan afè lagè; chak mesye gen nepe l bò kote li, pou fè gad kont menas lannwit yo.
SOL 3:9 Wa Salomon te fè pou kont li yon kanape vwayaj ak bwa Liban an.
SOL 3:10 Li te fè pye li ak ajan e repo pou do a ak lò. Kote pou chita a fabrike ak twal mov, e tout anndan li byen dekore pa fi Jérusalem yo.
SOL 3:11 Ale, O fi a Sion yo, e fikse byen Wa Salomon ak kouwòn sila a manman l te kouwone l nan jou fèt maryaj li, nan jou kè kontan li an.
SOL 4:1 A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl! Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou; cheve ou tankou yon bann kabrit ki fin desann sòti Mòn Galaad.
SOL 4:2 Dan ou tankou yon bann mouton ak lenn fenk taye ki sot benyen. Yo tout fè pòtre jimo yo, ni youn nan yo pa pèdi pitit li.
SOL 4:3 Lèv ou tankou fisèl wouj e bouch ou tèlman bèl. De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.
SOL 4:4 Kou ou tankou fò David la, bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo, tout boukliye won a mesye pwisan yo.
SOL 4:5 De tete ou tankou de jèn ti antilòp; jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.
SOL 4:6 Jiskaske jou a bese pou l vin fre e lonbraj yo vin disparèt, mwen va trase chemen mwen rive nan mòn fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an.
SOL 4:7 Ou fin bèl nèt, cheri mwen an, e nanpwen defo nan ou.
SOL 4:8 Vin avè m soti Liban, fi maryaj mwen an; m bezwen ou vini avè m sòti Liban. Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana, soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon; soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo.
SOL 4:9 Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an; ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout, ak yon sèl bout fisèl nan kolye ou.
SOL 4:10 A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an, fi a maryaj mwen an! A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!
SOL 4:11 Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl; siwo myèl ak lèt anba lang ou. Bon odè vètman ou tankou bon odè Liban an.
SOL 4:12 Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen, fi a maryaj mwen; yon jaden wòch ki fèmen, yon fontèn dlo ki ansèkle.
SOL 4:13 Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad, ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;
SOL 4:14 ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl, ak tout bwa lansan yo, lami ak lalwa, ansanm ak tout meyè kalite epis yo.
SOL 4:15 Ou menm se yon sous jaden, yon pwi dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.
SOL 4:16 Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid! Fè jaden mwen respire ak souf bon odè; kite epis li yo vante gaye toupatou. Ke cheri mwen an vin nan jaden li an pou manje tout fwi chwa li yo.
SOL 5:1 Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen, fi a maryaj mwen an. Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen. Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen; mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen. Lòt Yo Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!
SOL 5:2 Mwen t ap dòmi, men kè m t ap veye. Yon vwa! Cheri mwen an t ap frape sou pòt la: “Ouvri pou mwen, sè mwen, cheri mwen an, toutrèl mwen an, ou menm ki pafè pou mwen an! Tèt mwen mouye ak lawouze, très cheve mwen ak imidite nwit lan.
SOL 5:3 Mwen te fin retire rad mwen; kijan pou m ta remete l ankò a? Mwen te lave pye mwen; kijan pou m ta fè vin sal yo ankò a?
SOL 5:4 Cheri mwen an te lonje men l pase nan twou pòt la. Tout santiman kè m te leve pou li.
SOL 5:5 Mwen te leve pou ouvri pou cheri mwen an. Men m te degoute menm ak lami, e dwèt mwen ak dlo lami, sou manch boulon pòt lan.
SOL 5:6 Mwen te ouvri a cheri mwen an, men cheri mwen an te vire kite pou l ale! Kè m te sòti lè l te pale a. Mwen te chache li, men mwen pa t jwenn li. Mwen te rele li, men li pa t reponn mwen.
SOL 5:7 Gadyen ki te fè tou vil la te twouve mwen. Yo te bat mwen. Yo te blese mwen. Jandam sou miray la te retire gwo manto mwen an.
SOL 5:8 “M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, si nou jwenn cheri mwen an, konsa nou va di l; ke mwen malad ak lanmou.”
SOL 5:9 “Ki jan cheri ki cheri ou a, sinon pi bèl pami fanm yo? Ki jan cheri ki cheri ou a, pi bon pase lòt, ke ou ta nonmen non l devan nou konsa?”
SOL 5:10 Cheri mwen an mèvèye, yon figi wouj ranpli ak sante, k ap parèt miyò pami di-mil.
SOL 5:11 Tèt li tankou lò, lò san tach; très cheve li tankou grap rezen e nwa tankou kòbo.
SOL 5:12 Zye li tankou toutrèl akote dlo k ap koule, ki benyen nan lèt, ki monte kon bijou akote yon basen dlo.
SOL 5:13 De bò figi li tankou yon kabann fèt ak fèy awomatik, kap poze sou yon kouch zèb santi bon. Lèv li yo se flè lis ki degoute dlo lami.
SOL 5:14 Men li se wondèl fèt an lò, anbeli ak bijou beril. Kò li se ivwa taye ki kouvri ak pyè safi.
SOL 5:15 Janm li se pilye fèt an mèb blan, plase sou yon baz lò san tach; aparans li tankou chwa Liban an, kon pi bèl bwa sèd li.
SOL 5:16 Bouch li plen ak dousè. Li dezirab nèt. Sa se cheri mwen an, e sa se zanmi mwen an, o fi Jérusalem yo.
SOL 6:1 “Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo? Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”
SOL 6:2 Cheri mwen an te desann nan jaden li an, nan kabann ki fèt ak fèy awomatik, pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo, pou ranmase flè lis.
SOL 6:3 Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen; sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
SOL 6:4 Ou bèl, cheri mwen an, tankou Thirtsa; bèl tankou Jérusalem, mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.
SOL 6:5 Vire zye ou! Pa gade m! Paske zye ou fè m egare. Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.
SOL 6:6 Dan ou tankou yon bann mouton ki fenk monte sot benyen. Yo tout ki pòtre marasa. Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.
SOL 6:7 De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.
SOL 6:8 Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin, e jèn fi menm pa kab konte;
SOL 6:9 Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik; li se sèl fi a manman li. Fi san tach a sila ki te pote li a. Jenn fi yo te wè l e te rele l beni; ni rèn ni konkibin yo. Yo te louwe l pou di:
SOL 6:10 Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a, bèl tankou plèn lin nan, san tach tankou solèy la, e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?
SOL 6:11 Mwen te desann nan chan bwa nwa yo pou wè bwa vèt yo nan vale a; pou wè si chan rezen fin fè boujon, oswa grenad yo te fleri.
SOL 6:12 Avan mwen te menm konnen, dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.
SOL 6:13 Retounen, retounen, O Silamit lan; retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou! Salomon Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?
SOL 7:1 A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo! O fi a prens lan! Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vre atis.
SOL 7:2 Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele; vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis;
SOL 7:3 De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp, jimo a yon antilòp.
SOL 7:4 Kou ou se yon kou ivwa, zye ou tankou sous dlo nan Hesbon yo akote pòtay a Bath-Rabbim nan. Nen ou tankou tou Liban ki gade vè Damas la.
SOL 7:5 Tèt ou kouwone ou tankou Mòn Carmel e très cheve tèt ou tankou fisèl mov. Wa a kaptire pa très ou yo.
SOL 7:6 A la ou bèl e a la ou mèvèye, ak tout bèlte ou yo!
SOL 7:7 Lè ou kanpe se tankou yon pye palmis e tete ou se grap li yo.
SOL 7:8 Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan, mwen va kenbe tij fwi li yo.” O ke tete ou yo kapab tankou grap ki pann sou chan rezen an, e bon odè a souf ou tankou pòm,
SOL 7:9 Epi bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an, e koule dousman nan lèv a sila ki tonbe nan dòmi yo.
SOL 7:10 Mwen pou cheri mwen an e dezi li se pou mwen.
SOL 7:11 Vini, cheri mwen an! Annou pati ale nan chan yo e fè lojman nan ti vil yo.
SOL 7:12 Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo; annou gade pou wè si chan rezen an gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri. Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.
SOL 7:13 Mandragò yo fin bay bèl odè; epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo, ni nèf ni ansyen, ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.
SOL 8:1 O ke ou te tankou frè m, ki te souse nan tete a manman m. Si mwen te jwenn ou deyò, mwen ta bo ou; nonplis, pèsòn pa ta denonse m pou sa!
SOL 8:2 Mwen ta mennen ou e fè ou antre lakay a manman m ki te konn enstwi mwen an. Mwen ta bay ou diven pafime ki sòti nan ji grenad mwen yo pou ou bwè.
SOL 8:3 Kite men goch li rete anba tèt mwen e men dwat li anbrase m.
SOL 8:4 “Mwen vle nou sèmante, o fi Jérusalem yo, pa fè lanmou a vin leve, ni ankouraje l jiskaske se plezi li.
SOL 8:5 Se ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a, k ap apiye sou cheri li a?” Jenn Fi a Anba pye pòm nan, mwen te fè ou leve; se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt.
SOL 8:6 Mete mwen tankou yon so sou kè ou, tankou yon so sou bra ou. Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò. Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo; lè l pete se tankou dife k ap pete. Vrèman se flanm SENYÈ a.
SOL 8:7 Anpil dlo p ap ka etenn lanmou, ni rivyè p ap ka inonde l. Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou, sa ta konplètman meprize.
SOL 8:8 Nou gen yon ti sè e li pa gen tete menm; kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon moun ta vin pale pou l ta fiyanse avè l?
SOL 8:9 Si ti fi a se yon mi, nou va bati yon ranpa fèt an ajan pou antoure l; men, si li se yon pòt, n ap fè yon barikad ak gwo planch bwa sèd.
SOL 8:10 Mwen te yon miray e tete mwen te tankou fò yo; konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè.
SOL 8:11 Salomon te gen yon chan rezen nan Baal-Hamon; Li te bay jerans chan rezen an a gadyen yo. Yo chak te gen pou pote mil sik ajan pou fwi li yo.
SOL 8:12 Pwòp chan rezen mwen an se devan m; mil sik ajan yo se pou ou, Salomon ak de-san pou sila ki okipe fwi li yo.
SOL 8:13 O ou menm, ki chita nan jaden yo, ansanm ak zanmi mwen yo, kite m tande vwa ou.
SOL 8:14 Annou pati, cheri mwen an! Fè tankou yon antilòp, oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.
ISA 1:1 Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak Ézéchias, wa Juda yo.
ISA 1:2 Koute O syèl yo e tande O latè; paske SENYÈ a pale: “Fis Mwen leve yo, men yo fè rebèl kont Mwen.
ISA 1:3 Yon bèf konnen mèt li e yon bourik manjwa a mèt li, men Israël pa konsa. Pèp Mwen an pa reflechi.”
ISA 1:4 Elas, yon nasyon plen peche, yon pèp peze avèk inikite, ras malfektè, fis ki fè zak konwonpi! Yo te abandone SENYÈ a; yo te meprize Sila Ki Sen Israël la. Yo te vire kite Li nèt!
ISA 1:5 Se kibò nou va pran so ankò? Poukisa nou mache fè rebèl san rete? Tout tèt la malad e tout kè a fèb.
ISA 1:6 Depi nan pla pye jis rive nan tèt, nanpwen anyen ak sante ladann, sèlman kote ki brize, ak maleng ak blese. Yo pa pran swen, ni panse, ni soulaje l ak lwil.
ISA 1:7 Peyi nou an vin devaste, vil nou yo brile ak dife. Chan nou yo——se etranje k ap devore yo nan prezans nou; se dezolasyon nèt, pandan etranje yo ap ranvèse li.
ISA 1:8 Fi Sion an vin tankou yon ti tonèl nan yon chan rezen, tankou abri a yon gadyen nan yon chan konkonb, tankou yon vil ki anba syèj.
ISA 1:9 Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv, nou t ap tankou Sodome, nou t ap sanble ak Gomorrhe.
ISA 1:10 Tande pawòl SENYÈ a, nou menm, chèf Sodome yo; bay zòrèy nou enstriksyon Bondye nou a, nou menm pèp Gomorrhe.
ISA 1:11 “Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a. Mwen fin resevwa kont ofrann brile a belye ak grès a bèf gra yo. Mwen pa pran plezi nan san towo yo, jenn mouton, ni kabrit.
ISA 1:12 Lè nou vin parèt devan M, kilès ki egzije nou vin foule lakou Mwen an konsa?
ISA 1:13 Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò; lansan vin abominab devan M. Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo— Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.
ISA 1:14 Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo. Yo vin yon gwo fado pou mwen. Mwen fatige sipòte yo.
ISA 1:15 Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.
ISA 1:16 Lave nou pou nou vin pwòp; retire zak malonèt nou yo devan zye M. Sispann fè mechanste.
ISA 1:17 Aprann fè sa ki bon; chache lajistis, fè sekou oprime yo, defann òfelen yo, plede ka a vèv la.
ISA 1:18 “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a: “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj; malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.
ISA 1:19 Si nou vin dakò e obeyi, nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;
ISA 1:20 men si nou refize, e fè rebèl, nou va devore pa nepe.” Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”
ISA 1:21 Gade vil fidèl la vin devni yon pwostitiye! Sila ki te konn plen ak jistis la! Nan yon lè, ladwati te rete nan li, men koulye a, se asasen yo ye.
ISA 1:22 Ajan ou yo, koulye a vin tounen kim e bwason ou vin mele ak dlo.
ISA 1:23 Chèf ou yo se rebèl yo ye k ap fè zanmi parèy ak vòlè. Se yo tout ki renmen resevwa anba tab ak kouri dèyè benefis. Yo pa defann òfelen an, ni ka a vèv la pa rive devan yo.
ISA 1:24 Pou sa, Senyè BONDYE dèzame yo, Toupwisan Israël la, deklare: “Ah, M ap jwenn soulajman de advèsè Mwen yo; M ap pran vanjans mwen sou lènmi Mwen yo.
ISA 1:25 Mwen va vire men m kont nou e Mwen va fonn kim nou an tankou se ak likid lesiv, pou l pa gen metal ki rete.
ISA 1:26 Mwen va restore jij nou yo tankou nan kòmansman an ak konseye yo jan lè nou te fenk kòmanse a. Apre sa, yo va rele nou vil ladwati, yon vil ki fidèl.
ISA 1:27 Sion va rachte ak lajistis, e sila ki repanti ladann yo va plen ladwati a.
ISA 1:28 Men transgresè ak pechè yo va kraze ansanm, e sila ki abandone SENYÈ yo va vin disparèt nèt.
ISA 1:29 Anverite, nou va wont pou bwadchenn ke nou te pito yo, e nou va wont pou jaden ke nou te pito yo.
ISA 1:30 Paske nou va tankou yon bwadchenn ak fèy ki fennen, oswa tankou yon jaden ki pa gen dlo menm.
ISA 1:31 Sila ki pwisan an va devni retay pichpen. Zèv li yo anplis va tankou etensèl dife. Konsa, y ap brile ansanm e p ap gen moun ki pou fè yo etenn.”
ISA 2:1 Pawòl ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè konsènan Juda avèk Jérusalem.
ISA 2:2 Alò, li va vin rive nan dènye jou yo, ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo. Li va leve pi wo pase kolin yo, e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.
ISA 2:3 Konsa, anpil pèp va vini e yo va di: Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a, lakay Bondye a Jacob la; pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo, e pou nou kapab mache nan pa Li yo. Paske lalwa a va sòti fè parèt soti nan Sion, e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.
ISA 2:4 Li va jije pami nasyon yo, e Li va rann desizyon pou anpil pèp. Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a, ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo. Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e jis pou tout tan, yo p ap vin aprann fè lagè ankò.
ISA 2:5 Vini lakay Jacob; annou mache nan limyè SENYÈ a.
ISA 2:6 Paske ou te abandone pèp Ou a, lakay Jacob, akoz yo plen ak jan de panse yo ki sòti nan lès; akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo, k ap antann yo ak pitit a etranje yo.
ISA 2:7 Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò e pou richès yo, nanpwen fen. Peyi yo osi vin plen ak cheval yo, e ak cha lagè yo, nanpwen fen.
ISA 2:8 Peyi yo anplis plen ak zidòl; yo adore zèv men pa yo, sa ke dwèt yo te fè.
ISA 2:9 Pou sa, lòm vin imilye; e limanite vin bese. Konsa, pa padone yo.
ISA 2:10 Antre nan wòch, e kache nan pousyè, kont laperèz SENYÈ a, kont mayifisans ak majeste li.
ISA 2:11 Ògèy a lòm va vin bese e wotè a lòm va vin imilye. E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.
ISA 2:12 Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman kont nenpòt moun ki ògeye, e ki awogan; nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.
ISA 2:13 Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo, e ki leve tèt yo wo, kont tout chenn Basan yo.
ISA 2:14 Kont tout mòn wo yo, kont tout kolin ki leve wo yo,
ISA 2:15 Kont tout fò wo yo, kont tout miray fòtifye yo,
ISA 2:16 Kont tout bato Tarsis yo, kont tout sa ki bèl pou wè yo.
ISA 2:17 Ògèy a lòm va vin imilye e wotè a lòm va vin desann. Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.
ISA 2:18 Men zidòl yo va vin disparèt nèt.
ISA 2:19 Tout moun va antre nan kav pami wòch yo, ak nan twou tè a, devan gran laperèz SENYÈ a, ak gwo bagay etonan de majeste Li, lè Li leve pou fè tè a tranble.
ISA 2:20 Nan jou sa a, tout moun va jete deyò rat ak chòv-sourit, zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò, ke yo te fè pou yo menm ta adore,
ISA 2:21 pou yo ka antre nan kav wòch ak twou wòch nan falèz yo, pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ, ak gwo bagay etonan a majeste Li a, lè Li leve pou fè latè tranble.
ISA 2:22 Sispann mete konfyans nan lòm; souf vi li se sèl nan nen l. Kisa li vo?
ISA 3:1 Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo, tout sa ki pou founi pen e tout sa ki pou founi dlo;
ISA 3:2 Nonm pwisan an, gèrye a, jij ak pwofèt la, divinò a ak ansyen an,
ISA 3:3 Kapitèn dè senkant yo, nonm ki resevwa onè a, konseye a, atizan an, ak sila ki fò nan fè wanga a.
ISA 3:4 Konsa, Mwen va fè senp tigason yo vin chèf sou yo, e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.
ISA 3:5 Epi pèp la va oprime, youn pa yon lòt e chak pa vwazen li; jenn yo va fè rebèl kont granmoun yo e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a.
ISA 3:6 Lè yon nonm mete men l sou frè l lakay papa l, epi di: “Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an, e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”,
ISA 3:7 Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di: “Se pa mwen menm k ap geri nou an; paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto; se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la.”
ISA 3:8 Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz pawòl ak zak yo kont SENYÈ a; pou yo fè rebèl kont prezans sen Li an.
ISA 3:9 Vizaj figi yo fè temwen kont yo, e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome. Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm! Paske yo mennen mal la vin tonbe sou yo.
ISA 3:10 Di a moun dwat yo sa prale byen pou yo, paske yo va manje fwi a zèv yo.
ISA 3:11 Malè a mechan an! Sa prale mal pou li. Paske sa li merite a, se sa k ap rive li.
ISA 3:12 O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun ak fanm ki gouvène sou yo. O pèp Mwen an! Sila k ap gide ou yo, egare ou, e konfonn direksyon chemen nou yo.
ISA 3:13 Se SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo e ki kanpe pou jije pèp la.
ISA 3:14 SENYÈ a antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a. “Se nou ki te devore chan rezen an; piyaj malere a fèt anndan lakay nou.
ISA 3:15 Se kilès ki bannou dwa pou kraze pèp Mwen an, e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.
ISA 3:16 Anplis SENYÈ a di: “Akoz fi a Sion yo ògeye, mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi, mache ak ti pa kout pou atire zye gason, e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.
ISA 3:17 Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal, e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”
ISA 3:18 Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, dekorasyon kwasan yo,
ISA 3:19 zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo,
ISA 3:20 dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo,
ISA 3:21 bag dwèt yo, zanno nen yo.
ISA 3:22 Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo,
ISA 3:23 miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.
ISA 3:24 Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous, ap gen move odè pouriti; olye se sentiwon, ap gen yon kòd; olye se cheve swa byen ranje, ap gen yon tèt chòv; olye se bèl vètman, ya mete twal sak; epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.
ISA 3:25 Gason nou yo va tonbe devan nepe, ak moun pwisan nou yo nan batay.
ISA 3:26 Epi pòtay vil la va kriye fò ak lamantasyon, doulè ak dezolasyon nèt. Li va chita atè.
ISA 4:1 Paske sèt fanm va kenbe yon sèl gason nan jou sa a pou di l: “Nou va manje pwòp pen nou e mete pwòp rad nou. Sèlman, kite nou rele pa non ou. Souple retire wont nou an!”
ISA 4:2 Nan jou sa a, branch SENYÈ a va bèl, plen ak glwa, e fwi tè a va fè yo leve tèt yo wo akoz bèlte a tout retay Israël yo.
ISA 4:3 Li va rive ke sila ki rete Sion an ak sila yo ki rete Jérusalem nan va rele sen— tout moun ki anrejistre pou lavi Jérusalem yo
ISA 4:4 lè Senyè a fin lave fè sòti tout salte fi a Sion yo, e pirifye Jérusalem de tout san vèse pou fè l sòti nan mitan li, pa lespri jistis ak lespri brile a.
ISA 4:5 SENYÈ a va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit lan, paske sou tout glwa a, va genyen yon kouvèti.
ISA 4:6 Va gen abri pou bay lonbraj kont chalè jounen an, e pou pwoteje kont tanpèt ak lapli.
ISA 5:1 Kite mwen chante koulye a pou byeneme mwen an, selon chan rezen Li. Byeneme m nan te gen yon chan rezen sou yon kolin byen fètil.
ISA 5:2 Li te fouye toupatou li, retire wòch li yo, e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a. Li te bati yon fò nan mitan l, e te fouye yon basen diven ladann. Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo, men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon.
ISA 5:3 Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo, jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an.
ISA 5:4 Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja? Poukisa lè M te atann a bon rezen yo, li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?
ISA 5:5 Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a: Mwen va retire kloti li e li va brile; Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt.
ISA 5:6 Mwen va gaye gate l nèt. Li p ap koupe ni sèkle ak wou, men pikan ak zepin va vin leve nan li. Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo pou lapli pa tonbe ladann.
ISA 5:7 Paske chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël, e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a. Konsa, Li t ap chache jistis; men olye sa Li te jwenn san vèse; pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Anmwey”.
ISA 5:8 Malè a sila ki ogmante kay sou kay ak chan a sou lòt chan, jiskaske pa gen plas, pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!
ISA 5:9 Nan zòrèy mwen SENYÈ dèzame yo te sèmante: “Anverite, anpil kay va vin vid; menm sa ki bèl yo, san moun pou rete ladann.
ISA 5:10 Paske kat ekta tèren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven e yon omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal.”
ISA 5:11 Malè a sila ki leve granmaten yo pou yo ka kouri dèyè bwason fò, sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.
ISA 5:12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven; men yo pa okipe zèv SENYÈ yo, ni yo pa konsidere zèv men Li yo.
ISA 5:13 Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz mank konesans yo; epi mesye ki gen onè yo rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf.
ISA 5:14 Pou sa, Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole; epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a, ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann.
ISA 5:15 Pou sa, tout moun yo va imilye e limanite va abese; anplis, zye a ògeye a va vin febli nèt.
ISA 5:16 Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman e Bondye sen an va montre sentete Li nan ladwati.
ISA 5:17 Konsa, jèn mouton yo va manje alèz konsi se nan chan patiraj e etranje yo va manje pami ansyen mazi a moun rich yo.
ISA 5:18 Malè a sila ki rale inikite ak kòd manti, e ki fè peche tankou se kòd kabwèt;
ISA 5:19 K ap di: “Kite Li fè vit, kite Li prese fè travay Li pou nou ka wè; kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la vin rapwoche pou fè sa rive pou nou ka konnen!”
ISA 5:20 Malè a sila ki rele mal la bon, ak bon an mal la; sila ki prezante tenèb la tankou limyè a, ak limyè a kon tenèb la; sila ki prezante sa ki anmè a kon dous, e sa ki dous kon anmè.
ISA 5:21 Malè a sila ki saj nan pwòp zye yo e ki sipoze ke yo byen koken yo!
ISA 5:22 Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,
ISA 5:23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab e ki rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
ISA 5:24 Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo e konsonmen zèb sèch nan flanm nan, konsa rasin yo va vin tankou pouriti, e flè yo va vannen ale tankou pousyè; paske yo fin rejte lalwa SENYÈ dèzame yo, e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la.
ISA 5:25 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a, Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba. Mòn yo te tranble e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.
ISA 5:26 Konsa, Li va leve yon drapo a yon nasyon byen lwen e Li va soufle pou li soti nan dènye pwent latè; epi gade byen, li va vini byen vit ak gwo vitès.
ISA 5:27 Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe; nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi; ni sentiwon nan senti li pa lage, menm bretèl sandal li pa janm kase.
ISA 5:28 Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube; pye cheval li yo parèt kon pyè silèks, e wou cha li yo tankou toubiyon.
ISA 5:29 Kri gwonde li tankou yon lyon e vwa li tankou jèn lyon; li fè gwo bri pandan l ap sezi viktim li an e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li.
ISA 5:30 Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè. Si yon moun anwò dlo ta gade vè latè; men gade, tout fènwa ak gwo twoub. Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.
ISA 6:1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan.
ISA 6:2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.
ISA 6:3 Youn te rele a yon lòt epi te di: “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; tout latè plen ak glwa Li.”
ISA 6:4 Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen.
ISA 6:5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”
ISA 6:6 Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou lotèl la ak pensèt.
ISA 6:7 Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”
ISA 6:8 Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?” Epi mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”
ISA 6:9 Li te di: “Ale di pèp sa a: ‘Kontinye koute, men pa wè; kontinye gade, men pa konprann.’
ISA 6:10 Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè; otreman, petèt yo ta wè ak zye yo, tande ak zòrèy yo, konprann ak kè yo e retounen pou resevwa gerizon.”
ISA 6:11 Epi mwen te di: “Senyè, pou konbyen tan?” Li te reponn: “Jiskaske vil yo fin devaste nèt e pa gen moun pou rete ladan yo, kay yo vin san moun e peyi a fin dezole,
ISA 6:12 epi SENYÈ a fin retire moun yo byen lwen e plas abandone yo vin anpil nan mitan peyi a.
ISA 6:13 Sepandan, si genyen yon dizyèm pòsyon ladann, li va osi manje nèt, tankou yon bwa terebinth oswa yon bwadchenn ak chouk ki rete lè l koupe mete atè. Konsa, Semans ki sen se chouk li.”
ISA 7:1 Alò, li te vin rive nan jou Achaz yo, fis a Jotham la, fis a Ozias la, wa Juda a, ke Retsin, wa Syrie a ak Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte vè Jérusalem pou fè lagè kont li, men yo pa t ka genyen l.
ISA 7:2 Lè rapò a te rive kote lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.
ISA 7:3 Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an.
ISA 7:4 Epi di li: ‘Fè atansyon e rete kalm. Pa pè e pa dekouraje akoz grenn chouk sann cho sa yo k ap fè lafimen akoz de gwo kòlè Retsin ak Syrie, ak fis Remalia a.
ISA 7:5 Paske Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di:
ISA 7:6 Annou monte kont Juda, teworize l, fè pou nou yon brèch nan miray li yo, e fè fis Tabeel la vin wa nan mitan li.”
ISA 7:7 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa p ap kanpe, ni sa p ap pase.”
ISA 7:8 Paske tèt Syrie a se Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò),
ISA 7:9 Epi tèt a Éphraïm se Samarie, tèt a Samarie se fis a Remalia a. Si ou pa kwè, anverite, ou p ap etabli.’”
ISA 7:10 SENYÈ a te pale ankò ak Achaz. Li te di:
ISA 7:11 “Mande yon sign pou ou menm soti nan SENYÈ a, Bondye ou a; fè l nan fon a, tankou Sejou mò yo, oswa nan wotè tankou rive nan syèl la.”
ISA 7:12 Men Achaz te di: “Mwen p ap mande, ni mwen p ap pase SENYÈ a a leprèv!”
ISA 7:13 Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a Bondye mwen an tou?
ISA 7:14 Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li Emmanuel.
ISA 7:15 Li va manje bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon.
ISA 7:16 Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt.
ISA 7:17 SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.
ISA 7:18 Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo.
ISA 7:19 Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo.
ISA 7:20 Nan jou sa a, SENYÈ a va raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la.
ISA 7:21 Alò, nan jou sa a, yon nonm ka fè viv yon sèl grenn gazèl bèf ak yon pè mouton.
ISA 7:22 Men akoz gwo kantite lèt ki pwodwi, li va bwè bòl lèt kaye a, paske tout moun ki rete nan peyi a va bwè bòl lèt ak siwo myèl la.
ISA 7:23 Konsa, li va rive nan jou sa a, ke tout kote ki te konn genyen mil pye rezen, ki te gen valè a mil sik ajan, va vin tounen raje ak pikan.
ISA 7:24 Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan.
ISA 7:25 Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.”
ISA 8:1 SENYÈ a te di mwen, pran pou ou yon gwo tablo, e ekri sou li an lèt òdinè: “ rele non l ‘Maher-Schalal-Chasch-Baz’” (Vit se piyaj la e rapid se viktim nan),
ISA 8:2 Epi Mwen va pran pou Mwen temwen fidèl pou fè temwayaj, Urie, prèt la ak Zacharie, fis a Bérékia a.
ISA 8:3 Pou sa, mwen te pwoche pwofetès la. Li te vin ansent e li te bay nesans a yon fis. Epi SENYÈ a te di mwen: “Bay li non Maher-Schalal-Chasch-Baz.
ISA 8:4 Paske avan tigason an konnen jan pou li kriye: ‘Papa mwen oswa manman mwen’, tout richès Damas ak piyaj Samarie yo va fin pote ale devan wa Assyrie a.”
ISA 8:5 Ankò SENYÈ a te pale ak mwen. Li te di:
ISA 8:6 “Konsi moun sa yo fin rejte dlo Siloé k ap koule dous la pou rejwi nan Retsin ak fis Remalia a;
ISA 8:7 alò, pou sa, men gade, SENYÈ a prè pou mennen sou yo dlo fò an gran kantite ki sòti nan rivyè Euphrate la, wa Assyrie ak tout glwa li. Dlo sa a va monte wo pou kite kanal li yo e vide sou tout rebò li yo.
ISA 8:8 Li va pase kouri nèt rive Juda. Li va debòde e pase sou li nèt jiskaske li rive menm nan kou li. Konsa, zèl ouvri li yo va ranpli lajè peyi ou a, O Emmanuel!
ISA 8:9 “Se pou fè bwi, o pèp yo, e vin kraze nèt! Bay zòrèy nou, tout peyi lwen yo. Mare senti nou, malgre n ap fin brize nèt! Abiye pou batay la, malgre n ap brize nèt.
ISA 8:10 Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.”
ISA 8:11 Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen ak gwo pouvwa e te pase m lòd pou m pa mache nan chemen a pèp sa a, epi te di:
ISA 8:12 “Ou pa dwe di: ‘Konplo’ de tout sa ke pèp sa a rele ‘konplo’ a. Ou pa pou pè sa ke yo menm pè a, ni etone pa li.
ISA 8:13 Se SENYÈ dèzame yo ke ou dwe gade kon sen. Se Li k ap vin lakrent ou. Se li k ap fè w etone.
ISA 8:14 Li va devni yon sanktyè; men pou toulède kay Israël yo, L ap yon wòch pou fè nou bite, yon zatrap ak yon pèlen pou sila ki rete Jérusalem yo.
ISA 8:15 Se anpil moun k ap bite sou yo, yo va tonbe e yo va kraze nèt. Yo menm va pran nan pyèj e va tonbe pou yo kenbe nèt.”
ISA 8:16 Mare akò a. Sele lalwa pami disip mwen yo.
ISA 8:17 Mwen va tann SENYÈ a ki kache figi Li kont kay Jacob la. Mwen va chache Li ak enpasyans.
ISA 8:18 Gade byen, mwen menm ak pitit ke SENYÈ a te ban mwen yo se pou sign ak mèvèy an Israël ki sòti depi nan SENYÈ Dèzame yo, ki demere sou Mòn Sion.
ISA 8:19 Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo?
ISA 8:20 Vire kote lalwa ak akò a! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini.
ISA 8:21 Yo va pase nan peyi a, plen gwo pwoblèm ak grangou nèt. Li va vin rive ke lè yo grangou, y ap vin anraje e modi wa yo ak Bondye pandan y ap gade anlè.
ISA 8:22 Epi konsa, y ap gade vè latè, gade byen, gwo twoub ak fènwa, dezolasyon ak gwo lapèn. Konsa, yo va chase ale nan tenèb.
ISA 9:1 Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plen glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo.
ISA 9:2 Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè; sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a, limyè va fonse briye sou yo;
ISA 9:3 Ou te fè pèp la grandi anpil; Ou ogmante kè kontan yo. Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la.
ISA 9:4 Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an.
ISA 9:5 Paske tout protèj gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a.
ISA 9:6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.
ISA 9:7 P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
ISA 9:8 SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob e li tonbe sou Israël.
ISA 9:9 Tout pèp la va konnen sa; Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo, k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:
ISA 9:10 “Brik yo fin tonbe, men nou va rebati ak wòch taye; bwa sikomò yo fin koupe, men nou va ranplase yo ak bwa sèd.”
ISA 9:11 Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo advèsè ki sòti Retsin yo e chofe ènmi yo,
ISA 9:12 Siryen lès yo ak Filisten lwès yo; epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri. Malgre sa, kòlè Li p ap detounen e men L va toujou lonje.
ISA 9:13 Sepandan, pèp la p ap vire retounen kote Sila ki te frape yo a, ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo.
ISA 9:14 Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni tèt ni ke sou Israël, ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou.
ISA 9:15 Tèt la se ansyen ki byen respekte a e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.
ISA 9:16 Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo. Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.
ISA 9:17 Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo, ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo; paske yo tout se malfektè ki san Bondye e bouch yo tout ap pale nan foli. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen, e men L toujou lonje.
ISA 9:18 Paske mechanste brile tankou dife; li manje ni pikan ni raje. Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen.
ISA 9:19 Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a, e se pèp la ki se lwil pou dife a. Nanpwen moun ki eseye sove frè l.
ISA 9:20 Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou; yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè. Yo chak manje chè pwòp bra yo.
ISA 9:21 Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé e ansanm, yo kont Juda. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen e men Li toujou lonje.
ISA 10:1 Malè a sila ki fè règleman lajistis ki pa dwat yo ak sila k ap anrejistre desizyon ki pa jis yo,
ISA 10:2 pou rache lajistis nan men a endijan yo, vòlè dwa a moun malere yo, pou vèv ka sèvi kon piyaj pou yo, e pou yo ka piyaje òfelen yo.
ISA 10:3 Alò, se kisa nou va fè nan jou chatiman an ak nan jou destriksyon ki va sòti byen lwen an? A kilès nou va kouri rive pou jwenn sekou? Epi se ki kote nou va lèse richès ak byen nou?
ISA 10:4 Anyen pa p rete men y ap akwoupi pami kaptif yo oswa tonbe pami sila ki touye yo. Malgre sa, kòlè Li pa detounen e men L toujou lonje.
ISA 10:5 Malè a Assyrie, baton kòlè Mwen an, e zouti pou kòlè Mwen an.
ISA 10:6 Mwen voye li kont yon nasyon ki san Bondye e Mwen bay li komisyon kont pèp k ap resevwa kòlè Mwen an, pou kaptire piyaj yo, sezi byen yo, e pou foule yo anba tankou labou nan lari.
ISA 10:7 Men se pa sa ki entansyon li; ni plan an pa konsa nan kè l. Men pito bi li se pou detwi e koupe retire nèt pami anpil nasyon.
ISA 10:8 Paske li di: “Èske tout prens mwen yo pa wa yo?
ISA 10:9 Èske Calno pa tankou Carkemisch, oswa Hamath pa tankou Arpad? Ni Samarie pa tankou Damas?
ISA 10:10 Menm jan men m te rive kote wayòm a zidòl yo, ki te gen imaj taye pi gran pase sila Jérusalem ak Samarie yo,
ISA 10:11 eske mwen p ap fè a Jérusalem ak imaj pa li yo menm jan ke m te fè a Samarie ak zidòl pa li yo?”
ISA 10:12 Se konsa li va rive ke lè Senyè a fin akonpli tout travay Li yo sou Mòn Sion ak sou Jérusalem, Mwen va pini fwi a kè ògèy wa Assyrie a ak gwosè awogans li.
ISA 10:13 Paske li te di: “Ak pouvwa men m ak sajès mwen, mwen te fè sa a, paske mwen gen konprann. Mwen te retire bòn a tout pèp la, mwen te piyaje tout byen yo, e tankou yon nonm pwisan, mwen te ranvèse chèf yo.
ISA 10:14 Epi men m te lonje desann jis li rive nan richès a pèp la kon yon nich, e tankou yon moun ta ranmase ze ki abandone, se konsa mwen te ranmase tout latè. Konsa, pa t gen youn nan yo ki te bat zèl li, oswa te ouvri bèk li, ni ki te kriye.”
ISA 10:15 Èske rach la fèt pou vin ògeye sou sila ki koupe avè l la? Èske si a konn egzalte tèt li sou sila ki manevre l la? Sa ta sanble ak yon baton ki voye sila ki leve l la, oswa tankou yon baton ki leve sa ki pa fèt ak bwa a.
ISA 10:16 Pou sa, Senyè a, BONDYE dèzame yo, va voye yon maladi deperi moun nèt pami gèrye vanyan li yo; epi anba ògèy li, va rasanble yon dife tankou yon flanm k ap brile.
ISA 10:17 Limyè Israël la va devni yon dife; Sila ki Sen an, yon flanm. Li va brile yo e devore pikan li yo ak raje li yo nan yon sèl jou.
ISA 10:18 Epi Li va detwi glwa a forè ak jaden plen ak fwi li yo, ni nanm, ni kò; epi sa va tankou lè yon nonm malad vin deperi nèt e deseche nèt.
ISA 10:19 Epi rès bwa ki rete nan forè li yo, va vin tèlman piti an kantite, ke yon timoun ta ka konte yo.
ISA 10:20 Alò nan jou sa a, retay Israël la ak sila lakay Jacob ki te chape yo p ap janm depann de sila ki te frape yo, men va anverite depann de SENYÈ a, Sila ki sen an Israël la.
ISA 10:21 Yon retay va retounen, retay a Jacob la, retounen kote Bondye pwisan an.
ISA 10:22 Paske malgre pèp ou a, O Israël, kapab tankou sab lanmè, sèlman yon retay ladann va retounen. Yon destriksyon, debòde ak ladwati, fèt pou rive.
ISA 10:23 Paske yon destriksyon konplè nan tout latè a dekrete deja, e SENYÈ dèzame yo va egzekite li.
ISA 10:24 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE dèzame yo: “O pèp Mwen an, ki rete Sion an, pa pè Assyrie ki frape nou ak baton an e ki leve baton l kont nou kon Ejipsyen yo te konn fè a.
ISA 10:25 Paske nan yon tan byen kout, kòlè Mwen kont nou va fin pase, e kòlè Mwen va dirije vè destriksyon pa yo.”
ISA 10:26 SENYÈ dèzame yo va leve yon gwo fwèt kont li tankou masak a Madian nan wòch Oreb la. Baton Li va lonje sou lanmè a e Li va leve li wo jan Li te konn fè an Égypte la.
ISA 10:27 Konsa li va rive nan jou sa a, ke chaj Li va leve soti sou do nou, jouk Li sou kou nou, e jouk la va kraze akoz lwil oksyone.
ISA 10:28 Li te vini kont Ajjath, li te pase nan Migron; nan Micmasch, li te depoze bagaj li.
ISA 10:29 Yo te pase nan lakoup lan epi te di: “Nan Guéba, nou va fè plas pou nou rete.” Rama nan laperèz nèt e Guibea a Saul la sove ale nèt.
ISA 10:30 Kriye fò ak vwa ou, fi a Gallim nan! Fè atansyon, Laïs ak malere Anathoth!
ISA 10:31 Madména fin sove ale. Abitan Guébim yo fin chache sekou.
ISA 10:32 Men jodi a, li va rete Nob. Li souke ponyèt li vè mòn fi a Sion an, kolin a Jérusalem nan.
ISA 10:33 Gade byen, SENYÈ a, BONDYE dèzame yo va koupe tout branch yo ak yon gran bri. Sa osi ki gen gran tay va koupe nèt e sila a gran wotè yo va vin bese nèt.
ISA 10:34 Li va koupe nèt gwo rakbwa forè a ak yon rach ki fèt an fè, e Liban va tonbe akoz Toupwisan an.
ISA 11:1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
ISA 11:2 Lespri SENYÈ a va poze sou Li, lespri a sajès ak bon konprann, lespri a konsèy ak pwisans lan, lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
ISA 11:3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a. Li p ap jije selon sa ke zye l wè, ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
ISA 11:4 men ak ladwati, Li va jije malere yo, e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo. Li va frape tè a ak baton bouch Li, e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.
ISA 11:5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.
ISA 11:6 Lou a va demere ak jèn mouton an, leyopa va kouche ak jèn kabrit la, jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a; epi yon tigason va mennen yo.
ISA 11:7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la; pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.
ISA 11:8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a, e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.
ISA 11:9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an, paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè a.
ISA 11:10 Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.
ISA 11:11 Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo.
ISA 11:12 Li va leve yon drapo pou nasyon yo, rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo.
ISA 11:13 Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm.
ISA 11:14 Yo va desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm.
ISA 11:15 Konsa, SENYÈ a va detwi lang lanmè Égypte la nèt. Li va pase men L sou rivyè a ak van cho a, e Li va frape divize l an sèt flèv pou fè moun kapab travèse li pye sèk.
ISA 11:16 Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la.
ISA 12:1 Nou va di nan jou sa a: “Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ; paske malgre ou te fache avèk mwen, kòlè Ou vin detounen, e Ou fè m twouve rekonfò.
ISA 12:2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”
ISA 12:3 Akoz sa, plen ak jwa, nou va rale dlo nan sous sali yo.
ISA 12:4 Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte!
ISA 12:5 Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè!
ISA 12:6 Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”
ISA 13:1 Pwofesi konsènan Babylon ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè a.
ISA 13:2 Leve yon drapo sou mòn toutouni an! Leve vwa nou vè yo! Fè sign ak men pou yo ka antre nan pòt a prens yo!
ISA 13:3 Mwen te pase lòd anvè konsakre Mwen yo; menm gran gèrye Mwen yo. Mwen te rele sila ki rejwi nan pwisans Mwen yo, pou egzekite kòlè Mwen.
ISA 13:4 Yon bri a gwo zen sou mòn yo, tankou bri anpil moun! Yon son a gwo bri nan wayòm yo; son a nasyon yo ki vin rasanble ansanm! SENYÈ dèzame yo ap rasanble lame a pou batay.
ISA 13:5 Yo sòti nan yon peyi byen lwen, soti nan ekstremite pi lwen yo, SENYÈ a avèk zouti a gwo kòlè Li yo, pou detwi tout peyi a.
ISA 13:6 Rele anmwey, paske jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an.
ISA 13:7 Akoz sa, tout men yo va tonbe san fòs e kè a tout moun va fann.
ISA 13:8 Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife.
ISA 13:9 Gade byen, jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo.
ISA 13:10 Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.
ISA 13:11 Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a.
ISA 13:12 Mwen va fè lòm mòtèl la vin pi ra pase lò san tach, e limanite ke lò Ophir.
ISA 13:13 Pou sa, Mwen va fè syèl yo tranble e latè va fin souke jiskaske li kite plas li nan kòlè a SENYÈ dèzame yo nan jou kòlè Li k ap anflame a.
ISA 13:14 Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo.
ISA 13:15 Nenpòt moun yo rankontre, yo va frennen touye nèt, e nenpòt moun ke yo kaptire, va mouri pa nepe.
ISA 13:16 Timoun piti pa yo, anplis, va kraze an mòso devan zye yo. Lakay yo va piyaje e madanm yo va vyole.
ISA 13:17 Gade byen, Mwen va fè Mèdes leve kont yo; kont sila ki p ap bay ajan valè yo, ni pran plezi nan lò yo.
ISA 13:18 Banza yo va koupe jennonm yo tankou zèb; yo p ap menm gen konpasyon pou fwi zantray la, ni zye yo p ap fè pitye pou timoun.
ISA 13:19 Konsa, Babylone bèlte a wayòm yo, glwa ak ògèy a Kaldeyen yo, va tankou lè ke Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe a.
ISA 13:20 Li p ap janm abite ankò, ni pèsòn p ap viv ladann soti nan yon jenerasyon a yon lòt. Arab la p ap monte tant li la, ni bèje yo p ap fè twoupo yo kouche la.
ISA 13:21 Men se bèt sovaj dezè ki va kouche la, e lakay yo va plen jakal. Anplis, otrich va viv la e kabrit mawon k ap vòltije la.
ISA 13:22 Chat mawon va plenyen nan fò ki wo yo, e jakal yo nan bèl palè yo. Move lè pa li a va rive ase vit e jou li yo p ap pwolonje.
ISA 14:1 SENYÈ a va ankò gen konpasyon sou Jacob, pou l chwazi Israël ankò e fè yo rete nan pwòp peyi yo. Etranje yo va vin jwenn ak yo e atache yo menm a kay Jacob la.
ISA 14:2 Yo va mennen yo fè yo vini nan plas yo, e lakay Israël va posede yo nan peyi SENYÈ a, kon sèvant ak sèvitè. Konsa, yo va pran sila ki te pran yo kaptif yo, yo va kaptire yo e vin mèt sou sila ki te oprime yo.
ISA 14:3 Li va rive nan jou lè SENYÈ a ba ou rapò sou doulè ou, twoub ou ak redi di nan sila ou te vin esklav la,
ISA 14:4 Ke ou va pran chante sa a kont wa Babylone nan epi di: “Gade kijan opresè a vin sispann! Gwo twoub la pa la ankò!”
ISA 14:5 SENYÈ a fin kase baton a mechan an, baton a wa yo
ISA 14:6 ki te konn frape pèp la ak gran kolè, ak kou san rete, ki te soumèt nasyon yo ak gwo kòlè ak gwo pèsekisyon san fren.
ISA 14:7 Tout latè gen repo e rete kalm. Yo eklate ak chante kè kontan yo.
ISA 14:8 Menm bwa siprè yo rejwi sou ou e bwa sèd Liban yo ap di: “Paske ou te bese ou, pa gen moun ki koupe bwa k ap monte kont nou.
ISA 14:9 Sejou mò a depi anba, gen kè kontan sou ou, pou l ka rankontre ou lè ou vini. Li leve menm pou ou lespri mò yo, tout chèf sou tout latè yo. Li fè leve tout wa a tout nasyon yo soti nan twòn yo.
ISA 14:10 Yo tout va reponn epi mande ou: ‘Ou menm, èske ou vin fèb tankou nou? Èske ou vini tankou nou?’
ISA 14:11 Tout gwo bagay fèt ou ak mizik ap ou yo fin desann rive nan sejou mò yo. Se vè ki fè kabann anba ou e se vè k ap kouvri ou.”
ISA 14:12 Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo!
ISA 14:13 Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo!
ISA 14:14 Mwen va monte piwo nwaj yo! Mwen va fè mwen menm tankou Pi Wo a!”
ISA 14:15 Sepandan, ou va pouse desann nan Sejou mò yo, kote fon a gwo fòs la ye a.
ISA 14:16 Sila ki wè ou va fikse zye sou ou. Yo va reflechi sou ou pou di: “Èske se nonm sila a ki te fè tè a tranble a, ki te souke wayòm yo?
ISA 14:17 Ki te fè mond lan tankou yon dezè a, ki te boulvèse gwo vil li yo, ki te refize kite prizonye li yo ale lakay yo?”
ISA 14:18 Tout wa sou latè yo kouche nan glwa yo, yo chak nan pwòp tonbo pa yo.
ISA 14:19 Men ou menm, ou te jete deyò tonbo pa ou a, tankou yon branch rejte, abiye ak sila ki te touye yo, ki te pèse ak nepe yo, ki te desann kote wòch a fòs la tankou yon kadav, kraze foule ak pye.
ISA 14:20 Ou pa p reyini ak yo nan antèman, akoz ou te detwi peyi ou a. Ou te touye pèp ou a. Konsa, non desandan a malfektè sila yo pa p nonmen jis pou tout tan!
ISA 14:21 Prepare pou fis li yo yon kote pou masak, akoz inikite a papa yo. Konsa pou yo pa leve pran posesyon latè e ranpli sifas mond lan ak gwo vil.
ISA 14:22 “Mwen va leve kont yo”, deklare SENYÈ dèzame yo. “Mwen va koupe retire yo nèt de non Babylone ak desandan yo de sila ki fèt ak sila ki gen pou vini yo,” deklare SENYÈ a.
ISA 14:23 “Anplis, M ap fè l tounen yon marekaj pou kochon mawon yo. Mwen va bale li ak bale destriksyon an,” deklare SENYÈ dèzame yo.
ISA 14:24 SENYÈ dèzame yo fin sèmante. Li te di: “Anverite, jan ke Mwen te fè plan an, se konsa li va rive! Jan ke M te planifye a, se konsa l ap kanpe!
ISA 14:25 Pou M kraze Assyrie nan peyi Mwen an e pou M foule li sou mòn Mwen yo. Konsa jouk li va retire sou yo e gwo chaj li va sòti sou zepòl yo.
ISA 14:26 Sa se plan a ki te fòme kont tout tè a. Sa se men ki lonje kont tout nasyon yo.
ISA 14:27 Paske SENYÈ dèzame yo te fè yon plan e se kilès ki ka anpeche l? Epi pou men lonje pa l la, se kilès ki ka fè l fè bak?”
ISA 14:28 Nan ane Wa Achaz te mouri an, Pwofesi sa a te fèt:
ISA 14:29 Pa rejwi, O Peyi Filisten yo, nou tout, akoz baton ki te konn frape ou a fin kase. Soti nan rasin sèpan an, yon vipè va vin parèt, k ap fè kon fwi, yon sèpan k ap vole.
ISA 14:30 Premye ne malere a va manje byen, e endijan an va kouche ansekirite. Mwen va detwi rasin pa ou ak gwo grangou, e anplis l ap touye sila ki te chape yo.
ISA 14:31 Rele anmwey, O pòtay la! Kriye fò, O Gran Vil la! Fann nèt, O Filistia, nou tout! Paske lafimen ap sòti nan nò e nanpwen moun k ap fè reta. Lennmi a kwense nou nèt.
ISA 14:32 Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.
ISA 15:1 Pwofesi konsènan Moab la. Anverite nan yon sèl nwit, Ar-Moab fin devaste e detwi nèt. Nan yon sèl nwit, Kir-Moab fin devaste e detwi nèt.
ISA 15:2 Yo fin monte nan tanp lan ak Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe.
ISA 15:3 Nan lari yo, yo fin abiye ak twal sak. Sou twati lakay yo e sou gwo plas yo, tout moun ap rele anmwey e vin fann nèt akoz dlo ki sòti nan zye yo.
ISA 15:4 Anplis, Hesbon ak Élealé rele anmwey; vwa yo konn tande jis rive Jahats. Akoz sa, tout mesye ak zam yo kriye fò; nanm yo tranble anndan.
ISA 15:5 Kè m kriye fò pou Moab! Prens li yo sove ale rive jis Tsoar yo, jis Églath-Schelischija yo. Yo monte pant Luchith la pandan y ap kriye nèt; anverite, menm sou wout pou rive Choronaïm nan, y ap leve yon kri anmwey pou destriksyon yo.
ISA 15:6 Paske dlo a Nimrin yo abandone. Anverite, zèb la fennen nèt; menm boujon gazon mouri. Pa gen anyen ki vèt.
ISA 15:7 Pou sa, gwo kantite byen ke yo vin genyen pou mete nan depo, yo pote yo ale sou flèv dlo Arabim nan.
ISA 15:8 Paske kri anmwey la fin kouri ale antoure peyi Moab la. Plenyen li an rive jis Egalïm, e lamantasyon li an jis Beer-Élim.
ISA 15:9 Paske dlo a Dimon yo plen ak san. Anverite Mwen va ogmante mizè sou Dimon, ak yon lyon sou sila yo k ap sove ale Moab, menm ankò sou retay yo nan peyi a.
ISA 16:1 Voye mouton tribi a bay gouvènè peyi a, soti nan Sela pa wout dezè a, jis rive nan mòn a fi Sion an.
ISA 16:2 Li va rive ke tankou zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an.
ISA 16:3 “Bannou konsèy! Fè yon desizyon! Voye lonbraj ou tankou lannwit nan gran lajounen! Kache sila ki san abri yo! Pa trayi refijye a!
ISA 16:4 Kite refijye Moab yo rete avè w! Devni yon kote pou yo kache kont destriktè a.” Paske opresè yo p ap reyisi. Destriksyon an va sispann. Opresè ap disparèt nèt nan peyi a.
ISA 16:5 Yon twòn va etabli avèk lanmou dous, e yon jij va chita ak fidelite sou li nan tant David la. Li va chache jistis e va fè vit pou etabli ladwati.
ISA 16:6 Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen.
ISA 16:7 Pou sa, Moab va rele anmwey; tout sila nan Moab yo va plenyen anlè. Ou va plenyen pou gato rezen a Kir-Haréseth kon sila konplètman frape yo.
ISA 16:8 Paske chan a Hesbon yo te fennen, ansanm ak chan rezen a Sibma yo. Mèt nasyon yo te kraze gwo grap ki te pi chwazi li yo, ki te rive jis Jaezer e te lonje kote dezè yo. Branch li yo te gaye nèt e te menm pase lòtbò lanmè a.
ISA 16:9 Pou sa, Mwen va kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè.
ISA 16:10 Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann.
ISA 16:11 Pou sa, kè mwen sone tankou ap pou Moab ak santiman anndan mwen pou Kir-Haréseth.
ISA 16:12 Konsa, li va rive ke lè Moab prezante tèt li, lè l fin fatige kò l sou wo plas li e rive nan sanktyè li a pou fè lapriyè, li p ap reyisi.
ISA 16:13 Se pawòl sa a ke SENYÈ a te pale avan sa sou Moab.
ISA 16:14 Men koulye a, SENYÈ a pale e di: “Avan twazan fin rive, jan yon anplwaye ta konte yo, glwa a Moab la va vin degrade ansanm ak tout gwo kantite pèp li a, e retay li va vin piti e san fòs.”
ISA 17:1 Pwofesi sou Damas. “Gade byen, Damas prèt pou retire nèt kon vil. Li va tonbe nèt an yon gwo pil mazi.
ISA 17:2 Vil Aroër yo ap abandone nèt. Y ap sèvi kon plas pou twoupo yo kouche. P ap gen pèsòn pou fè yo pè.
ISA 17:3 Vil fòtifye a va disparèt nan Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie. Yo va tankou laglwa a fis Israël yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.
ISA 17:4 Alò, nan jou sa a, glwa Jacob la va febli nèt, e grès chè li va vin megri.
ISA 17:5 Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan vale Rephaïm yo.
ISA 17:6 Sepandan, kèk nan mwason an va rete tankou lè yo rekòlte bwa doliv. Y ap jwenn de oswa twa grenn sou branch piwo a, kat oswa senk nan bwa ki donnen pi byen yo, deklare SENYÈ a, Bondye Israël la.
ISA 17:7 Nan jou sa a, lòm va gen respè pou Kreyatè li a e zye li va gade vè Sila Ki Sen An Israël la.
ISA 17:8 Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni Asherim yo ni lanp lansan yo.
ISA 17:9 Nan jou sa a, vil ranfòse yo va tankou kote abandone nan forè a; tankou branch ke yo te abandone devan fis Israël yo. Konsa, tè a va dezole.
ISA 17:10 Paske nou te bliye Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo.
ISA 17:11 Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.
ISA 17:12 Sepandan, gwo zen a anpil nasyon ki gwonde tankou anpil dlo yo, e ki fè bri a anpil nasyon k ap kouri desann tankou gwo dlo pwisan!
ISA 17:13 Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt.
ISA 17:14 Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo.
ISA 18:1 Elas! O peyi a zèl k ap fè gwo bri krikèt volan yo, ki rete lòtbò rivyè a Ethiopie yo.
ISA 18:2 Nou voye reprezantan yo bò lanmè a, menm sou veso fèt ak fèy papiris ki kouri sou sifas dlo. Ale, mesaje rapid yo, vè yon nasyon wo e swa, vè yon pèp ke tout moun pè, ni sa ki pre ni sa ki lwen, vè yon nasyon pwisan ki oprime tout moun, peyi ke rivyè yo divize a!
ISA 18:3 Nou tout, abitan mond lan ak sila ki rete sou latè yo, depi drapo a leve sou mòn yo, nou va wè l, e depi twonpèt la sone, n ap tande l.
ISA 18:4 Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen: “Mwen va gade soti nan kote ke M rete byen kalm la. Mwen va tankou gwo chalè nan plen solèy, tankou yon nwaj lawouze nan chalè rekòlt la.”
ISA 18:5 Paske avan rekòlt la, la menm boujon yo ak flè a devni rezen ki mi; alò, Li va koupe retire nan bwa rezen ak yon sèpèt. Li va koupe retire branch k ap gaye yo.
ISA 18:6 Yo va lese atè ansanm pou zwazo mòn ki manje chè yo; pou bèt latè yo. Zwazo ki manje chè yo va pase tout gran sezon an nan manje yo, e tout bèt latè yo va manje yo nan sezon livè.
ISA 18:7 Nan lè sa a, yon kado omaj ki sòti nan yon pèp wo e swa va pote bay SENYÈ dèzame yo. Li va soti menm nan yon pèp ki inspire lakrent a sila ki pre, ak sila ki lwen yo; yon nasyon pwisan ki fè kalkil, ki oprime tout moun, yon peyi ke rivyè yo divize a. L ap rive nan plas ki pote non SENYÈ dèzame yo, menm Mòn Sion an.
ISA 19:1 Pwofesi konsènan Égypte la. “Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; kè Ejipsyen yo va fann anndan yo.
ISA 19:2 Pou sa, Mwen va eksite Ejipsyen vin kont Ejipsyen. Yo chak va goumen kont frè pa yo, e yo chak kont vwazen yo; vil kont vil e wayòm kont wayòm.
ISA 19:3 Konsa, lespri a Ejipsyen yo va vin twouble anndan yo, e Mwen va boulvèse tout plan yo. Konsa, yo va vire kote zidòl, fantom a mò yo, sila ki pale ak mò yo ak divinò yo.
ISA 19:4 Anplis, Mwen va livre Ejipsyen yo nan men a yon mèt mechan. Yon gran wa pwisan va gouvène sou yo,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
ISA 19:5 Dlo lanmè yo va vin sèch e rivyè a va vin sèch san dlo.
ISA 19:6 Kanal yo va lage yon movèz odè. Rivyè Égypte yo va vin sèch e san dlo. Wozo ak zèb dlo yo va rete pouri.
ISA 19:7 Gwo wozo a bò Rivyè Nil la, arebò Nil la ak tout chan ki fin plante akote Nil la va vin sèch, pouse ale, e p ap gen la ankò.
ISA 19:8 Moun lapèch yo va plenyen; tout sila ki konn voye yon liy nan Nil la va lamante, e sila ki ouvri filè sou dlo yo va santi gwo pèt.
ISA 19:9 Anplis, sila k ap pwodwi twal len ki fèt ak len swa ak bòs twal blan yo va tris nèt.
ISA 19:10 Pilye a Égypte yo va kraze nèt; tout anplwaye yo va afilje nan nanm yo.
ISA 19:11 Prens a Tsoan yo pa plis ke moun fou. Konseye a pi saj Farawon yo vin bèt nèt. Kòman nou menm, mesye, nou ka di Farawon: “Mwen se fis a moun saj yo, fis a wa ansyen yo”?
ISA 19:12 Eh byen, kote moun saj ou yo? Souple, kite yo pale ak ou, e kite yo konprann sa ke SENYÈ dèzame yo te planifye pou fè kont Égypte.
ISA 19:13 Prens a Tsoan yo te aji nan foli. Prens a Noph yo te byen tronpe. Sila ki ta ang prensipal a pèp li a fin mennen Égypte nan wout egare.
ISA 19:14 SENYÈ a te mele nan li yon lespri ki fè l toudi; yo mennen Égypte nan wout egare nan tout sa li fè, tankou moun sou k ap glise tonbe nan vomisman li.
ISA 19:15 P ap gen travay pou Égypte; ni pou tèt li, ni pou ke li, branch palmis li, oswa sa ke wozo li yo ka fè.
ISA 19:16 Nan jou sa a, Ejipsyen yo va vin tankou fanm. Yo va tranble nan gwo laperèz akoz pase men ke SENYÈ a ap fè pase sou yo.
ISA 19:17 Peyi Juda va devni yon gwo laperèz pou Égypte. Tout moun ki tande non li va gen gwo lakrent li akoz volonte a SENYÈ dèzame yo, ki poze kont yo.
ISA 19:18 Nan jou sa a, senk gwo vil peyi Égypte yo va pale langaj a Kanaraneyen yo, e yo va sèmante alyans ak SENYÈ dèzame yo. Youn nan yo va rele Vil Destriksyon an.
ISA 19:19 Nan jou sa a, va gen yon lotèl a SENYÈ a nan mitan peyi Égypte la, e yon pilye a SENYÈ a toupre fwontyè li a.
ISA 19:20 Li va vin fè yon sign ak yon temwen a SENYÈ dèzame yo nan peyi Égypte; paske yo va kriye a SENYÈ a akoz sila k ap oprime moun yo, e Li va voye ba yo yon sovè, yon defansè e Li va delivre yo.
ISA 19:21 Konsa SENYÈ a va fè Égypte konnen Li. Konsa, Ejipsyen yo va konnen SENYÈ a nan jou sa a. Yo va anplis adore Li avèk sakrifis ak ofrann. Yo va fè yon ve a SENYÈ a, epi yo va akonpli li.
ISA 19:22 SENYÈ a va frape Égypte; frape, men geri li. Yo va retounen kote SENYÈ, epi Li va reponn yo e geri yo.
ISA 19:23 Nan jou sa a, va gen yon gran chemen soti an Égypte pou rive Assyrie. Asiryen yo va antre an Égypte, e Ejipsyen yo an Assyrie. Ejipsyen ak Asiryen yo va adore ansanm.
ISA 19:24 Nan jou sa a, Israël va fè yon twazyèm nan, ansanm ak Égypte ak Assyrie, yon gran benediksyon nan mitan mond lan.
ISA 19:25 Paske SENYÈ dèzame yo ap beni yo e di: “Beni se Égypte, pèp Mwen an e Assyrie, zèv men Mwen an, ak Israël, eritaj Mwen an.”
ISA 20:1 Nan ane ke kòmandan Asiryen an te vini Asdod la, lè Sargon, wa Assyrie a, te voye li goumen kont Asdod la pou te pran li,
ISA 20:2 nan lè ke SENYÈ a te pale pa Ésaïe, fis a Amots la, epi te di: “Ale retire twal sak la sou kwis ou e retire soulye nan pye ou.” Se konsa li te fè, epi li te ale toutouni, epi pye a tè.
ISA 20:3 Konsa, SENYÈ a te di: “Menm jan tankou sèvitè Mwen an, Ésaïe, te ale toutouni e pye atè pandan twazan kon yon sign nan, e kon yon avètisman kont Égypte ak Éthiopie,
ISA 20:4 menm jan, wa a Assyrie va mennen fè sòti kaptif Ejipsyen yo ansanm ak egzile Éthiopie yo jenn kon vye, toutouni, e pye atè ak tout do yo dekouvri, pou fè Égypte vin wont.
ISA 20:5 Epi yo va vin dezole e wont akoz Éthiopie, ki te espwa yo, e anplis ak Égypte, fyète yo a.
ISA 20:6 Pou sa, moun ki rete nan peyi bò lanmè sa a, va di nan jou sa a: ‘Gade byen, se konsa espwa nou vin rive! Gade kote nou te kouri ale pou sekou, pou delivre anba men wa a Assyrie a! Epi koulye a, nou menm, se kòman nou va chape?’”
ISA 21:1 Pwofesi konsènan dezè lanmè a. Kon tanpèt van nan dezè a kontinye ravaje, sa sòti nan dezè a, de yon peyi etonan.
ISA 21:2 Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann.
ISA 21:3 Pou rezon sa a, kwis mwen plen doulè. Gwo lapèn sezi mwen tankou doulè a fanm ansent. Mwen tèlman twouble ke m pa ka tande. Mwen tèlman pè ke m pa ka wè.
ISA 21:4 Panse mwen ap vire tounen. Gwo laperèz plen tèt mwen. Ti limyè aswè a ke m te anvi wè a, koulye a vin fè m tranble.
ISA 21:5 Yo prepare tab la, yo plase watchman nan, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo!
ISA 21:6 Paske konsa SENYÈ a pale avèk mwen: “Ale pozisyone gadyen an; kite li bay rapò a sa li wè a.
ISA 21:7 Lè l wè sila ki monte cheval yo, chevalye aliye pa de yo, yon lign bourik yo, yon lign chamo yo, kite li veye ak atansyon, veye byen pre.”
ISA 21:8 Gadyen an rele kon yon lyon: “O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou a! Nan lannwit sou pòs gad la!
ISA 21:9 Atansyon! Veye byen! Men yon ekip moun monte, chevalye alinye pa de yo ap vini.” Li te reponn: “Tonbe, Babylone fin tonbe! Tout imaj a dye li yo kraze atè.”
ISA 21:10 O moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen.
ISA 21:11 Pwofesi konsènan Edom an. Gen yon moun ki toujou ap rele m depi nan Séir: “Gadyen, kijan nwit lan ap avanse? Gadyen, kijan nwit lan ap avanse?”
ISA 21:12 Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.”
ISA 21:13 Pwofesi konsènan Arabie a. Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a Dedan yo.
ISA 21:14 Pote dlo pou moun swaf yo, O moun ki rete nan peyi Théma yo; rankontre ak sila k ap sove ale ak pen an.
ISA 21:15 Paske yo te sove ale chape devan nepe yo, devan nepe ki rale yo, banza ki koube a ak presyon batay la.
ISA 21:16 Paske konsa SENYÈ a te di mwen: “Nan yon ane, jan yon anplwaye ta kab konwole li, tout grandè a Kédar va fini;
ISA 21:17 epi retay sòlda banza yo, mesye pwisan an, fis a Kédar yo, va vin yon tikras; paske SENYÈ a, Bondye Israël la, te pale.”
ISA 22:1 Pwofesi konsènan vale a vizyon an. Sa k pase nou koulye a, ke nou tout monte sou twati kay yo?
ISA 22:2 Nou menm ki te plen ak gwo bri, nou menm vil plen ak zen. Mò pa nou yo pa t mouri akoz nepe, ni yo pa t mouri nan batay la.
ISA 22:3 Tout chèf nou yo te kouri ale ansanm e te kaptire san sèvi ak banza yo. Nou tout ke yo te twouve yo te kaptire ansanm, malgre yo te sove ale rive byen lwen.
ISA 22:4 Akoz sa, mwen di nou: “Tounen zye nou byen lwen m; kite mwen kriye byen fò, pa eseye rekonfòte m pou destriksyon a fi a pèp mwen an.”
ISA 22:5 Paske Senyè BONDYE dèzame yo te fè yon jou panik opresyon ak konfizyon nan vale vizyon an, miray ki kraze ak kriye nan mòn lan.
ISA 22:6 Élam te leve fouwo flèch yo, cha yo, sòlda sou pa yo ak chevalye yo; epi Kir te dekouvri boukliye a.
ISA 22:7 Vale pi bèl nou yo te vin plen ak cha e chevalye yo te pran pozisyon yo nan pòtay la.
ISA 22:8 Epi li te retire defans Juda. Nan jou sa a, nou te depann de zam a kay forè yo.
ISA 22:9 Nou te wè ke brèch nan miray vil a David yo te anpil; epi nou te fè koleksyon dlo nan etan dlo pi ba a.
ISA 22:10 Konsa nou te konte kay Jérusalem e nou te detwi kay yo pou ranfòse miray la.
ISA 22:11 Nou te fè yon rezèvwa antre de miray yo pou dlo a ansyen etan dlo a. Men nou pa t depann sou Li ki te fè l, ni ou pa t fè konsiderasyon de Li ki te fè plan an depi tan ansyen nan.
ISA 22:12 Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo.
ISA 22:13 Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: “Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.”
ISA 22:14 Men SENYÈ dèzame yo te revele Li menm nan zòrè mwen yo: “Anverite, nou p ap padone pou krim sa a jiskaske nou mouri”, pale Senyè BONDYE dèzame yo.
ISA 22:15 Se konsa, pale Senyè BONDYE dèzame yo: “Vini, ale kote jeran sila a, kote Schebna ki se chèf an tèt anndan kay wa a.
ISA 22:16 ‘Ki dwa ou gen isit la e se kilès ou gen isit la ki fè w fouye yon tonm pou ou menm isit la?’ Ou menm ki fouye yon tonm sou gran wotè a, ki fouye yon plas repo nan wòch la?”
ISA 22:17 Gade byen, SENYÈ a prèt pou voye ou tèt devan. Li prèt pou sezi ou byen di,
ISA 22:18 epi fè ou woule fè yon bòl pou jete nan yon gwo peyi. La, ou va mouri e la, bèl cha ou yo ap ye; Ou menm ki se wont pou lakay mèt ou a.
ISA 22:19 M ap retire ou nan pozisyon ou e m ap rale ou desann soti nan wo plas ou.
ISA 22:20 Konsa, li va rive nan jou sa a ke Mwen va voye rele sèvitè Mwen an, Éliakim, fis a Hilkija a,
ISA 22:21 Mwen va abiye l ak vètman pa w e tache sentiwon pa w, byen tache sou li. Mwen va fè l konfyans pou l pran otorite pa w la e li va vin yon papa a sila ki rete Jérusalem yo ak lakay Juda a.
ISA 22:22 Konsa, Mwen va mete kle lakay David la sou zepòl li. Lè l ouvri li, pèsòn p ap fèmen l e lè l fèmen l, pèsòn p ap ouvri li.
ISA 22:23 Mwen va kondwi li antre tankou yon klou sou yon kote byen solid e li va devni yon twòn glwa pou lakay papa l.
ISA 22:24 Konsa, yo va kloue sou li tout glwa lakay papa l, desandan ak sila k ap vini yo, tout veso pi piti yo, soti nan bòl, jis rive nan bokal.
ISA 22:25 “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Klou ki kloue nan yon kote solid la, va rache tonbe. Epi chaj ki kenbe sou li a va koupe retire nèt; paske SENYÈ a te pale.”
ISA 23:1 Pwofesi konsènan Tyr a. Rele anmwey, O bato a Tarsis yo! Paske Tyr detwi e li vin rete san kay, ni pò. Rapò a rive kote yo soti nan peyi Chypre.
ISA 23:2 Rete san pale, O moun ki rete nan peyi kot yo; komèsan a Sidon yo k ap travèse lanmè a fin ranplase ou.
ISA 23:3 Sou anpil dlo sereyal a Nil la, rekòlt a Rivyè a te mwayen lavi li. Se li ki te mache pou nasyon yo.
ISA 23:4 Rete wont, O Sidon; paske lanmè a pale, sitadèl lanmè a, di: “Mwen pa t gen doulè, ni fè pitit; mwen pa t leve jennonm, ni leve vyèj.”
ISA 23:5 Lè rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a.
ISA 23:6 Janbe rive Tarsis! Rele anmwey, O moun peyi kot yo!
ISA 23:7 Èske sa se gwo vil kè kontan nou an, ki te bati soti antikite yo, pye a sila ki te konn pote li jis byen lwen nan vwayaj yo?
ISA 23:8 Kilès ki te fè plan sila a kont Tyr, ki te konn bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo?
ISA 23:9 SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye tout gran sou latè yo.
ISA 23:10 Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò.
ISA 23:11 Li fin lonje men l sou lanmè a, Li te fè wayòm yo tranble. SENYÈ a te pase lòd konsènan Canaan pou detwi tout fò ranfòse yo.
ISA 23:12 Li fin di: “Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon an! Leve, travèse Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo.”
ISA 23:13 Gade byen, peyi a Kaldeyen yo—sa se pèp ki pa t egziste. Assyrie te dezigne l pou moun dezè—yo te fè leve fò syèj yo, byen wo. Yo te kraze palè li yo, yo te fè l vin yon pil mazi kraze.
ISA 23:14 Rele anmwey, O bato a Tarsis yo, paske sitadèl ranfòse nou yo vin detwi!
ISA 23:15 Alò, nan jou sa a, Tyr va vin bliye pandan swasann-dizan, tankou jou a yon sèl wa. Nan fen swasann-dizan yo, sa va vin rive Tyr tankou nan chanson a fanm pwostitiye a.
ISA 23:16 Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou.
ISA 23:17 Li va vin rive nan fen swasann-dizan yo, ke SENYÈ a va vizite Tyr. Apre, li va retounen jwenn salè pwostitiye li yo e li va fè pwostitiye ak tout wayòm sou tout fas latè yo.
ISA 23:18 Sa li reyalize ak salè pwostitiye a, li va mete li apa pou SENYÈ a. Li p ap mete li nan depo, ni sere l nan depo, men sa li reyalize a va devni manje ase ak vètman byen chwazi pou sila ki demere nan prezans SENYÈ yo.
ISA 24:1 Gade byen, SENYÈ a va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann.
ISA 24:2 Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a.
ISA 24:3 Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a.
ISA 24:4 Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt.
ISA 24:5 Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la.
ISA 24:6 Akoz sa, yon malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete.
ISA 24:7 Diven nèf la fèb. Chan rezen an gate. Tout kè kontan yo fè gwo plent.
ISA 24:8 Kè kontan a tanbouren yo vin rete, bri a moun k ap fete yo vin sispann.
ISA 24:9 Yo pa bwè diven ak chanson; bwason fò yo vin anmè pou sila ki bwè l yo.
ISA 24:10 Vil gwo dezòd la vin kraze nèt. Tout kay vin fèmen pou pèsòn pa antre.
ISA 24:11 Gen gwo kriye nan lari a pou afè diven. Tout kè kontan vire an gwo tristès.
ISA 24:12 Se dezolasyon ki rete nan vil la e pòtay la fin kraze nèt.
ISA 24:13 Paske se konsa l ap ye nan mitan latè a pami pèp yo; tankou lè bwa doliv souke fò, tankou sila ki ranmase apre rekòlt rezen an fin fèt yo.
ISA 24:14 Yo leve vwa yo; yo kriye ak kè kontan. Yo kriye soti nan lwès akoz majeste SENYÈ a.
ISA 24:15 Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan peyi kot lanmè yo.
ISA 24:16 Soti nan dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.”
ISA 24:17 Gwo laperèz, twou fòs ak pèlen vin devan nou menm ki rete sou latè.
ISA 24:18 Konsa, li va rive ke sila ki sove ale lè l tande gwo dega a va vin tonbe nan fòs la, e sila ki rale kò l sòti nan fòs la va pran nan pèlen an; paske fenèt anlè yo vin louvri e fondasyon latè yo ap tranble.
ISA 24:19 Latè vin dechire. Latè vin fann nèt. Latè souke ak vyolans.
ISA 24:20 Latè woule de bò tankou moun ki anba gwòg. Li pyete tankou vye kay pay. Akoz transgresyon li yo peze lou sou li, li va tonbe nèt pou l pa janm leve ankò.
ISA 24:21 Li va rive nan jou sa a ke SENYÈ a va pini lame syèl anwo yo ak wa latè sou latè yo.
ISA 24:22 Yo va ranmase ansanm tankou prizonye nan yon kacho e yo va fèmen nan prizon. Apre anpil jou, yo va pini.
ISA 24:23 Konsa, lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.
ISA 25:1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.
ISA 25:2 Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati.
ISA 25:3 Akoz sa, yon pèp byen fò va bay Ou glwa. Gran vil a nasyon ki mechan yo va fè Ou omaj .
ISA 25:4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray.
ISA 25:5 Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin bese ba.
ISA 25:6 SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine.
ISA 25:7 Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo.
ISA 25:8 Li te vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.
ISA 25:9 Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!”
ISA 25:10 Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a. Epi Moab va foule kote li ye, tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye.
ISA 25:11 L ap ouvri men l byen gran nan mitan li kon yon moun k ap naje ta lonje men l yo pou naje; men SENYÈ a va desann ògèy li ansanm ak manèv koken a men li yo.
ISA 25:12 L ap desann ranfòsman fò ki pa t ka menm pwoche la, li va anile yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè.
ISA 26:1 Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda: “Nou gen yon vil ki fò; li monte miray ak ranfò pou sekirite.
ISA 26:2 Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre; sila ki rete fidèl la.
ISA 26:3 Sila ki rete fèm nan panse li yo, Ou va kenbe nan lapè pafè, akoz li gen konfyans nan Ou.
ISA 26:4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan, paske nan BONDYE SENYÈ a, nou gen yon Wòch etènèl.
ISA 26:5 Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo, vil ki pa t kapab venk lan. Li te desann li ba. Li te desann li jis atè. Li te jete li nan pousyè.
ISA 26:6 Pye va foule l, pye a malere a, pla pye a sila ki san sekou yo.”
ISA 26:7 Chemen moun jis se ladwati. O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.
ISA 26:8 Anverite, selon jijman Ou yo, O SENYÈ, nou t ap tann Ou. Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.
ISA 26:9 Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; paske lè jijman Ou yo rive sou latè, sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.
ISA 26:10 Malgre mechan an ta jwenn favè, li p ap aprann ladwati. Li aji ak enjistis nan peyi ladwati. Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.
ISA 26:11 O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.
ISA 26:12 SENYÈ, Ou va etabli lapè pou nou, akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.
ISA 26:13 O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apa de ou te gouvène nou; men se non Ou sèl, ke n ap konfese.
ISA 26:14 Sila ki mouri yo p ap viv. Lespri ki pati yo p ap leve ankò. Konsa, Ou te pini yo, detwi yo e Ou te efase tout memwa a yo menm.
ISA 26:15 Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ, Ou te agrandi nasyon an! Ou leve wo! Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.
ISA 26:16 O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou. Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè lè chatiman Ou te sou yo.
ISA 26:17 Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche; li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan; se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.
ISA 26:18 Nou te ansent, nou te vire kò, men nou pa t bay nesans a plis ke van. Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a, ni pitit mond yo pa t tonbe.
ISA 26:19 Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.
ISA 26:20 Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou e fèmen pòt nou dèyè nou. Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.
ISA 26:21 Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li, pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo. Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo, e li p ap kache mò li yo ankò.
ISA 27:1 Nan jou sa a, SENYÈ a va pini Leviathan ak gwo nepe a byen di. Leviathan, sèpan tòde a, kap pran flit; li va touye dragon an ki rete nan lanmè a.
ISA 27:2 Nan jou sa a, chante pou li ”Yon bèl chan rezen!
ISA 27:3 Mwen, SENYÈ a, se jeran li. Mwen wouze li tout tan. Pou pèsòn pa fè l donmaj, Mwen veye li lajounen kon lannwit.
ISA 27:4 Mwen pa moun lakòlè. Men si Mwen ta jwenn raje ak pikan yo, Mwen ta fè batay! Mwen ta mache sou yo, e brile yo nèt.
ISA 27:5 Oswa, kite li depann de fòs Mwen pou l ka fè lapè avè M. Kite li fè lapè avè M.”
ISA 27:6 Nan jou k ap vini yo, Jacob va pran rasin. Israël va fleri e boujonnen. Yo va plen tout mond lan ak fwi.
ISA 27:7 Èske Li te frape yo, jan li te frape sa yo ki frape yo? Oswa èske se tankou masak Sila ki touye yo a, Li te touye yo?
ISA 27:8 Ou te konfwonte yo ak egzil; ou te pouse yo ale. Ak souf fewòs Li, Li te chase yo ale nan jou van lès la.
ISA 27:9 Akoz sa e atravè sa, inikite a Jacob la va padone. Konsa, sa va tout fwi la pou retire peche li: lè l fè lotèl wòch yo vin tankou poud wòch lakrè, pou Asherim nan ak lotèl lansan yo pa kanpe ankò.
ISA 27:10 Paske vil fòtifye a vin sèl, yon anplasman kay ki dezole e ki vin bliye tankou dezè. Jenn bèf la va manje la, li va kouche e manje sou branch li yo.
ISA 27:11 Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.
ISA 27:12 Nan jou sa a, SENYÈ a va kòmanse bat gwo rekòlt Li depi nan flèv Rivyè Euphrate la jis rive nan dlo Égypte la, e nou va vin ranmase youn pa youn, O fis Israël yo.
ISA 27:13 Anplis, li va vin rive ke nan jou ke gran twonpèt la ap sone a, sila ki t ap peri nan peyi Assyrie yo, e ki te gaye an Égypte yo, va vin adore SENYÈ a nan mòn sen Jérusalem nan.
ISA 28:1 Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven Éphraïm yo, ak flè fane li ki pèdi bèlte ak glwa li. Li menm ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo!
ISA 28:2 Veye byen, SENYÈ a gen yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li.
ISA 28:3 Kouwòn ògèy a moun sou Éphraïm yo va vin foule anba pye.
ISA 28:4 Epi flè ki kanpe sou tèt vale fètil la, va vin pèdi bèlte li tankou premye fwi figye etranje ke yon moun wè avan gran sezon an. Yon moun jwenn li, epi lapoula, li vale l.
ISA 28:5 Nan jou sa a, SENYÈ dèzame yo va vini yon bèl kouwòn, yon dyadèm ranpli ak glwa pou retay a pèp Li a.
ISA 28:6 Li va yon espri lajistis pou sila ki chita nan jijman an, yon ranfòsman pou sila k ap detounen atak devan pòtay yo.
ISA 28:7 Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman.
ISA 28:8 Paske tout tab yo plen ak salte vomisman an; pa menm gen yon kote ki pwòp.
ISA 28:9 A ki moun Li ta enstwi konesans e a kilès Li ta entèprete mesaj la? Sila ki fenk sevre nan lèt yo? Sila ki fenk sispann pran tete yo?
ISA 28:10 Paske Li pale, Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la.
ISA 28:11 Anverite, Li va pale ak pèp sa a ak lèv bege e ak yon lang etranje,
ISA 28:12 Sila ki te di yo: “Men repo isit la; bay repo a sila ki fatige yo,” epi: “Men repo”, men yo pa t koute.
ISA 28:13 Akoz sa, pawòl SENYÈ a, yo va: “Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la,” pou yo kapab ale, chape glise pa dèyè, vin kraze, pran nan pèlen e vin prizonye.
ISA 28:14 Pou sa, koute pawòl SENYÈ a, O nou menm k ap moke yo, sila ki chèf sou pèp sa a ki rete nan Jérusalem nan:
ISA 28:15 “Akoz nou te di: ‘Nou te fè yon akò ak lanmò’, epi ak Sejou mò yo, nou te vin angaje. Gwo dega p ap rive sou nou lè l pase, paske nou te fè pwotèj nou ak manti e nou te kache kò nou ak desepsyon.”
ISA 28:16 Pou sa, Senyè BONDYE a di: “Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm.
ISA 28:17 Mwen va fè jistis sèvi kon lign mezi e ladwati kon règ nivo. Lagrèl va bale tout fatra nèt ki fèt ak manti, e dlo yo va debòde antre nan kote sekrè a.
ISA 28:18 Akò nou an ak lanmò va anile, e angajman nou an ak Sejou mò yo p ap kanpe. Lè gwo twoub la k ap kraze tout moun nan, pase kote nou, alò, nou va foule anba l.
ISA 28:19 Otan li pase, li va kenbe nou; maten apre maten, l ap pase. Nenpòt lè pandan lajounen oswa lannwit, pou konprann sa li ye a, va pote gwo laperèz.”
ISA 28:20 Kabann nan twò kout pou lonje kò nou e dra a twò etwat pou vlope nou.
ISA 28:21 Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li.
ISA 28:22 Alò, konsa, pa aji tankou mokè yo, pou chenn ki mare nou yo pa vin pi rèd. Paske mwen te tande soti nan Senyè BONDYE dèzame yo, desizyon deja fèt pou detwi tout latè a.
ISA 28:23 Prete zòrèy nou pou tande vwa mwen! Koute e tande pawòl mwen yo.
ISA 28:24 Èske kiltivatè a raboure tout tan pou plante grenn semans? Èske li pa janm sispann vire tè a?
ISA 28:25 Èske li pa fè tè a nivo pou simen grenn lanni, gaye grenn kimen, plante ble nan ranje yolòj nan plas li ak pitimi nan kote pa li?
ISA 28:26 Paske Bondye pa li a enstwi li, e montre li sa ki bon.
ISA 28:27 Paske grenn lanni pa kraze vannen ak gwo baton, ni wou kabwèt pa woule sou kimen, men lanni bat ak yon planch bwa e kimen ak yon baton.
ISA 28:28 Sereyal pou fè pen oblije kraze; anverite, li p ap ka kontinye bat pou vannen li tout tan. Menmsi wou kabwèt li a ak pye cheval li yo ta pase sou li, cheval la pa ka fè l moulen.
ISA 28:29 Sa anplis, sòti nan SENYÈ dèzame yo, ki te fè konsèy Li mèvèye, ak sajès Li byen gran.
ISA 29:1 Malè a Ariel! Ariel, vil kote David yon fwa te fè kan an! Ogmante lane sou lane, obsève fèt ou yo nan lè yo.
ISA 29:2 Mwen va mennen gwo pwoblèm sou Ariel e li va vin yon vil gwo doulè ak lamantasyon. Pou Mwen, li va tankou yon lotèl k ap brile a.
ISA 29:3 Mwen va fè kan kont ou e antoure ou. Mwen va monte aparèy syèj kont ou e fè yo monte fò batay kont ou.
ISA 29:4 Konsa ou va vin bese. Se jis nan tè a, pale ou va bougonnen depi nan pousyè. Vwa ou va, anplis, tankou yon vwa a yon lespri, konsi ou konnen l deja, k ap soti nan tè a. Se konsa pawòl ou yo va chichote soti nan pousyè a.
ISA 29:5 Men fòs kantite a lènmi ou yo va devni tankou pousyè fen e fòs kantite a mechan san prensip yo va tankou pay k ap vannen ale. Sa va fèt nan yon moman; sibitman.
ISA 29:6 Li va vizite pa SENYÈ dèzame yo. Li va pini yo ak tonnè, tranbleman detè, gwo bri, toubiyon ak tanpèt ak flanm dife a ki manje tout bagay.
ISA 29:7 Konsa, fòs kantite a tout nasyon ki va fè lagè kont Ariel yo, menm tout moun ki fè lagè kont li ak gwo fò li yo ak sila ki bay li gwo twoub, sa va devni tankou yon rèv, yon vizyon nan nwit.
ISA 29:8 Sa va tankou lè yon nonm grangou fè rèv—e gade byen, l ap manje. Men lè l leve nan dòmi a, gade byen, li toujou fèb e grangou; li pa satisfè. Oswa lè yon nonm swaf fè rèv—epi gade byen, l ap bwè, men lè l leve li toujou fèb, e swaf la pa t satisfè. Se konsa kantite tout nasyon ki fè lagè kont Mòn Sion yo va ye.
ISA 29:9 Pran reta epi tann! Avegle tèt nou pou nou avèg! Yo vin sou, men pa avèk diven; yo kilbite, men pa akoz bwason fò.
ISA 29:10 Paske SENYÈ a te vide sou nou, yon lespri pwofon somèy. Li te fèmen zye nou menm, pwofèt yo, e Li te kouvri tèt nou menm, konseye yo.
ISA 29:11 Tout vizyon va pou nou tankou pawòl a yon liv ki fèmen ak so. Lè yo bay li a yon moun ki konn li, yo di l: “Souple, li sa a.” Men li va di: “Mwen pa kapab, paske li fèmen ak so.”
ISA 29:12 Konsa liv la va bay a sila ki pa ka li, e y ap di l: “Souple, li sa a.” Epi li va di: “Mwen pa kapab li.”
ISA 29:13 Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè,
ISA 29:14 pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”
ISA 29:15 Malè a sila ki kache plan yo byen fon pou SENYÈ a pa wè, e ki fè zak yo nan fènwa a, e y ap di: “Se kilès ki wè nou?” Oswa “Se kilès ki rekonèt nou?”
ISA 29:16 Ou chavire bagay la nèt! Èske sila ki fè kanari a ta dwe konsidere egal ak ajil la, pou sa ki te fèt la, ta ka di a sila ki fè li a: “Li pa t fè mwen”; oswa sa ki te fòme a ta ka di a sila ki te fòme li a: “Li pa konprann anyen?”
ISA 29:17 Èske se pa yon ti kras tan ki rete ankò avan Liban vin transfòme an yon chan fètil, e chan fètil la va konsidere kon yon forè?
ISA 29:18 Nan jou sa a, moun soud yo va tande pawòl a liv la e zye avèg yo va wè sa ki te kon fènwa ak tenèb.
ISA 29:19 Anplis, moun enb yo va fè kè yo pi kontan ak SENYÈ a, e malere yo pami moun yo va rejwi nan Sila Ki Sen an Israël la.
ISA 29:20 Paske moun san pitye yo va rive nan fen yo, e mokè yo va disparèt. Anverite, tout moun ak lentansyon fè mal, va vin koupe retire nèt—
ISA 29:21 sila ki pou valè a yon sèl pawòl, rele moun nan tribinal la, epi fè pyèj pou sila ki korije moun nan pòtay la, e ak fwod, rache dwa inosan an ak fo temwayaj.
ISA 29:22 Akoz sa a, SENYÈ a ki te rachte Abraham nan, di konsènan lakay Jacob: “Jacob p ap ankò vin wont, ni figi li vin pal.
ISA 29:23 Men lè li wè pitit li yo, zèv men Mwen yo nan mitan li, yo va sanktifye non Mwen. Anverite, yo va sanktifye non a Sila Ki Sen a Jacob la, e va kanpe byen etone devan Bondye Israël la.
ISA 29:24 Anplis, sila ki fè tò nan panse yo, va konnen verite a, e sila ki kritike yo va resevwa enstriksyon.”
ISA 30:1 “Malè a pitit k ap fè rebèl yo”, deklare SENYÈ a: “Sila ki resevwa konsèy, men ki pa pa M; ki fè yon alyans, men pa nan Lespri pa M, pou ogmante peche sou peche;
ISA 30:2 ki fè wout desann an Égypte san konsilte Mwen, pou yo ka fè azil, pou Farawon bay yo sekirite, e pou yo chache pwotèj nan lonbraj Égypte!
ISA 30:3 Akoz sa, sekirite Farawon va vin wont nou, e pwotèj nan lonbraj Égypte la va fè imilyasyon nou.
ISA 30:4 Paske prens pa yo se nan Tsoan e anbasadè pa yo vin parèt nan Hanès.
ISA 30:5 Tout moun va vin wont akoz yon pèp ki p ap ka bay yo okenn avantaj, ni pou sekou, ni pou pwofi, men pou wont, e anplis, pou repwòch.”
ISA 30:6 Pwofesi konsènan bèt nan dezè Midi yo. Atravè yon peyi gwo twoub ak gwo doulè, ladan ki sòti manman lyon ak lyon an, vipè ak sèpan volan an; yo pote gwo kantite byen yo sou do jenn bourik, e trezò yo sou do chamo, pou rive kote yon pèp ki pa kapab bay yo okenn avantaj.
ISA 30:7 Paske sekou Égypte, se vanite san rezilta. Akoz sa, Mwen te rele li Rahab ki kanpe dyanm.
ISA 30:8 Koulye a, ale, ekri li sou yon adwaz devan yo, e enskri li sou yon woulo papye pou l ka sèvi nan tan k ap vini yo. Konsa la sèvi yon temwen jis pou tout tan.
ISA 30:9 Paske sa se yon pèp rebèl, fis manti, fis ki refize koute enstriksyon SENYÈ a;
ISA 30:10 ki di a konseye yo, “Ou pa dwe wè vizyon”, epi a pwofèt yo, “Ou pa dwe pwofetize a nou menm sa ki dwat. Pale nou bèl pawòl dous, pwofetize ilizyon.
ISA 30:11 Sòti nan wout la, vire sou kote chemen an. Pa kite nou tande menm ankò afè a Sila Ki Sen an Israël la.”
ISA 30:12 Akoz sa, konsa pale Sila Ki Sen an Israël la: “Akoz nou te rejte pawòl sa a, e te mete konfyans nou nan opresyon ak desepsyon, e te depann de yo,
ISA 30:13 akoz sa, inikite sa a va pou nou kon yon gwo brèch nan miray ki prèt pou tonbe a, yon gwo pati k ap souke nan yon miray ki wo, ki ka pete tonbe sibitman, nan yon enstan.
ISA 30:14 Lè l vin kraze, l ap tankou po a mèt kanari a, ki tèlman kraze ak vyolans ke yon mòso cha p ap ka twouve pami mòso yo, ki ta ka menm pote dife sòti nan founo a, oswa kenbe dlo ki sòti nan sitèn nan.”
ISA 30:15 Paske konsa pale Senyè BONDYE a, sèl Sila Ki Sen an Israël la te di: “Nan repantans ak repo, nou va sove. Nan kalm ak konfyans, fòs nou ye.” Men nou pa t vle.
ISA 30:16 Nou te di: “Non, paske nou va sove ale sou cheval”. Akoz sa, nou va sove ale! “Nou va sove ale ak tout vitès”. Konsa, sila ki kouri dèyè ou va vini byen rapid.
ISA 30:17 Mil moun va sove ale menase pa yon sèl moun. Nou va sove ale sou menas a senk moun, jiskaske nou vin lage tankou yon drapo sou yon do mòn; tankou yon siyal k ap limen sou yon kolin.
ISA 30:18 Konsa, SENYÈ a ap tann. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!
ISA 30:19 Paske moun yo va rete nan Sion, nan Jérusalem. Nou p ap kriye ankò. Anverite Li va fè nou gras lè L tande vwa kriye nou. Lè L tande l, Li va reponn nou.
ISA 30:20 Sepandan, Senyè a te bay nou pen advèsite, ak dlo lafliksyon, malgre, pwofesè nou yo, p ap kache tèt yo ankò, men zye nou va wè pwofesè nou yo.
ISA 30:21 Nenpòt lè ou vire adwat oswa agoch, zòrèy nou va tande yon pawòl dèyè nou: “Sa se chemen an, mache ladann”.
ISA 30:22 Nou va kraze jete limaj taye nou yo ki kouvri ak yon kouch ajan, ak limaj an lò fon yo. Nou va gaye yo tankou bagay sal. Nou va di yo: “Retire ou la!”
ISA 30:23 Epi Li va bay lapli pou grenn semans ke ou simen nan tè a, ak pen ki soti nan rekòlt tè a. Li va bon e li va anpil. Nan jou sa a, bèt nou yo va manje nan yon patiraj byen laj.
ISA 30:24 Anplis, bèf ak bourik ki travay latè yo va manje yon manje bon gou, ki te vannen ak pèl ak fouchèt.
ISA 30:25 Sou chak mòn ki wo ak chak kolin, va gen sous ki kouri ak dlo nan jou gwo masak la lè fò yo vin tonbe.
ISA 30:26 Limyè lalin nan va tankou limyè solèy la, e limyè solèy la va sèt fwa pi klere tankou limyè ki pou sèt jou, nan jou ke SENYÈ a geri frakti a pèp Li a e panse blesi ki te frape yo.
ISA 30:27 Gade byen, non a SENYÈ a sòti yon kote byen lwen. Lakòlè Li plen chalè ak lafimen k ap monte byen pwès. Lèv Li plen ak gwo kòlè e lang Li tankou yon dife k ap brile tout bagay.
ISA 30:28 Souf Li tankou yon flèv k ap debòde, ki rive jis nan kou, pou souke nasyon yo. L ap fè yo ale retou nan yon paswa destriksyon. Yon brid ki mennen nan destriksyon an va plase nan bouch a pèp yo.
ISA 30:29 Konsa, nou va chante tankou nan lannwit, tankou lè nou rete nan fèt ak kè kontan, tankou lè yon moun ap mache sou son a flit, pou ale nan mòn SENYÈ a, Wòch Israël la.
ISA 30:30 SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo.
ISA 30:31 Paske ak vwa SENYÈ a, Assyrie va vin etone nèt. L ap vin frape ak baton.
ISA 30:32 Chak kout baton pinisyon ke SENYÈ a mete sou li, va fèt ak mizik a tanbouren ak gita. Li va fè batay ak yo. L ap rale tout zam yo parèt. Li va goumen kont yo.
ISA 30:33 Paske plas pou brile a te prepare depi lontan. Anverite, li te prepare pou wa a. Li te fè l fon e laj, yon boukan ak anpil bwa. Se souf SENYÈ a, tankou yon tòran souf k ap limen dife sou li.
ISA 31:1 Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo, ki depann de cheval yo, ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil, ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò; men yo pa gade sou Sila Ki Sen an Israël la, ni chache SENYÈ a!
ISA 31:2 Men anplis, Li saj; Li va mennen dezas; Li p ap retire pawòl Li menm; men Li va leve kont kay malfektè yo, ak kont sekou a sila ki fè mechanste yo.
ISA 31:3 Alò, Ejipsyen yo se moun. Se pa Bondye. Cheval yo se chè; se pa lespri. Pou sa, SENYÈ la va lonje men L; sila k ap bay sekou a va glise tonbe. Sila ki resevwa sekou a va tonbe, e yo tout va rive fini ansanm.
ISA 31:4 Paske konsa SENYÈ a di mwen: “Tankou lyon oswa jenn lyon gwonde sou kò bèt l ap manje, lè yon bann bèje vin parèt la; li p ap pè vwa yo, ni li p ap deranje akoz bri yo fè. Konsa, SENYÈ dèzame yo va vin desann pou fè lagè sou Mòn Sion ak sou kolin li an.”
ISA 31:5 Tankou zwazo k ap vole, se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem. Li va pwoteje li e delivre li. Li va pase sou sa pou sove li.
ISA 31:6 Retounen kote Sila ke nou te tèlman neglije a, O fis Israël yo.
ISA 31:7 Paske nan jou sa a, tout moun va jete deyò zidòl an ajan li yo ak zidòl an lò li yo, ke men plen peche nou yo te fè pou nou.
ISA 31:8 Epi Asiryen an va tonbe pa yon nepe ki pa t pou lòm, e nepe a ki pa pou lòm va devore l. Pou sa, li p ap chape anba nepe a, e jenn mesye li yo va devni ouvriye kòve.
ISA 31:9 “Wòch li va disparèt akoz panik, e prens li yo va gen gwo lakrent devan drapo a”, deklare SENYÈ a, Sila ki gen dife Li nan Sion an, ak founo nan Jérusalem nan.
ISA 32:1 Gade byen, yon wa va renye ak ladwati e prens yo va renye ak jistis.
ISA 32:2 Yon nonm va tankou yon abri kont van ak yon pwotèj kont tanpèt, tankou sous dlo nan yon peyi sèch, tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.
ISA 32:3 Alò, zye a sila ki wè yo, p ap vin avegle; zòrèy a sila ki tande yo, va koute.
ISA 32:4 Kè a sila ki aji san reflechi a va konprann verite, e lang lan a sila ki bege a va pale klè.
ISA 32:5 Li p ap rive ankò ke yo rele moun fou, prens; ni rele vakabon, moun bon kè.
ISA 32:6 Paske moun fou a pale foli, e kè li apiye vè mechanste: pou fè sa ki kont Bondye e pale mal kont SENYÈ a, pou kenbe moun grangou a san satisfè, e pou anpeche moun swaf la bwè.
ISA 32:7 Pou vakabon an, zam li se mechanste. Li fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang, malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.
ISA 32:8 Men sila ki prens toujou fòme plan ki bèl; epi pa bèl plan an, ap kanpe.
ISA 32:9 Leve ou menm, O fanm ki alèz e tande vwa mwen! Prete zòrèy a pawòl mwen, fi ki alèz, san pwoblèm yo.
ISA 32:10 Nan yon ane ak kèk jou, nou va twouble, O fi ki san pridans yo; paske, afè fwi diven an va fini, ni rekòlt la p ap rive.
ISA 32:11 Tranble, fanm alèz yo; twouble, nou menm ki san pridans! Retire rad nou, dezabiye nou e mete twal sak nan senti nou.
ISA 32:12 Bat lestomak nou pou bèl chan jaden yo, pou chan ki plen ak fwi rezen yo.
ISA 32:13 Anplispou peyi a pèp mwen an, kote pikan ak raje va pouse monte; wi pou tout kay plen ak jwa yo ak gran vil kè kontan yo.
ISA 32:14 Paske palè a vin vid, e gran vil plen moun yo vin abandone. Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan, yon plezi pou bourik mawon, yon patiraj pou bann mouton yo;
ISA 32:15 jiskaske Lespri a vide sou nou soti anwo, epi savann nan vin fè yon chan fètil, e chan fètil la va vin konsidere kon yon forè.
ISA 32:16 Nan lè sa a lajistis va demere nan dezè a e ladwati nan chan fètil la.
ISA 32:17 Epi zèv ladwati a va lapè, e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans k ap dire jis pou tout tan.
ISA 32:18 Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè, ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm.
ISA 32:19 Malgre lagrèl tonbe kraze forè a, e gran vil la va vin devaste nèt.
ISA 32:20 A la beni nou va beni, nou menm ki simen akote tout dlo yo, ki lage pye bèf ak bourik la.
ISA 33:1 Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi; epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w. Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt. Depi ou fin fè trèt, lòt moun va fè trèt kont ou.
ISA 33:2 O SENYÈ, fè nou gras. Nou t ap tann Ou. Sèvi kon fòs pa nou chak maten, delivrans pa nou nan tan gwo twoub.
ISA 33:3 Lè bri zen an vin leve, pèp yo sove ale. Lè Ou fè leve Ou menm, nasyon yo gaye.
ISA 33:4 Piyaj pa W va ranmase tankou cheni ranmase. Tankou krikèt volan konn vòltije, se konsa y ap vòltije sou li.
ISA 33:5 SENYÈ a leve wo, paske se anwo ke Li rete. Li te ranpli Sion ak jistis ak ladwati.
ISA 33:6 Se Li k ap fè tan pa nou estab, richès a delivrans, sajès ak konesans. Lakrent SENYÈ a se trezò ou.
ISA 33:7 Gade byen, mesye pwisan pa yo, kriye nan lari, anbasadè lapè yo kriye fò.
ISA 33:8 Gran chemen yo rete vid. Moun ki vwayaje yo sispann. Li te kraze akò a. Li te meprize vil yo. Li pa respekte pèsòn.
ISA 33:9 Peyi a kriye ak doulè, ak kè fennen. Liban vin wont e tanmen disparèt. Saron vin tankou yon dezè e Basan ak Carmel pèdi tout feyaj.
ISA 33:10 “Koulye a, Mwen va leve”, SENYÈ a di: “Koulye a Mwen va egzalte. Koulye a Mwen va leve wo.
ISA 33:11 Nou te ansent pay, e nou va akouche pay. Souf Mwen va manje nou tankou dife.
ISA 33:12 Pèp yo va brile kon lacho, tankou pikan koupe ki fin brile nan dife a.”
ISA 33:13 “Nou menm ki lwen yo, koute sa ke M te fè a; epi nou menm ki toupre, rekonèt pwisans Mwen.”
ISA 33:14 Pechè Sion yo vin sezi ak laperèz; tranbleman fin sezi enkwayan yo. Se kilès pami nou ki ka viv ak yon dife ki manje tout bagay? “Se kilès nan nou ki ka viv ak dife k ap brile tout tan an?”
ISA 33:15 Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a? Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la, e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo; sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san, e ki fèmen zye l pou l pa gade mal.
ISA 33:16 Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.
ISA 33:17 Zye nou va wè Wa a nan tout bèlte Li. Yo va wè yon peyi ki byen lwen.
ISA 33:18 Kè ou va medite sou gwo laperèz la. “Kote sila ki te konte a? Kote sila ki te peze a? Kote sila ki te konte fò yo?”
ISA 33:19 Ou p ap ankò wè yon pèp fewòs, yon pèp ak langaj dwòl ke ou pa konprann, a lang bege ke pèsòn pa konprann.
ISA 33:20 Gade sou Sion, gran vil a gwo fèt dezinye yo. Zye ou va wè Jérusalem, yon abitasyon san twoub, yon tant ki p ap bezwen pliye. Pikèt li p ap janm rache, ni kòd li yo p ap chire.
ISA 33:21 Men la, SENYÈ va avèk nou nan majeste, yon kote ak rivyè ak gwo kanal, sou sila gwo kannòt ak anpil zaviwon p ap janm pase, ni gwo bato p ap janm pase la.
ISA 33:22 Paske SENYÈ a se jij nou. Se SENYÈ a ki bay lwa nou yo. Se SENYÈ a ki wa nou. Se Li menm ki va sove nou.
ISA 33:23 Kòd vwal nou yo vin lach. Yo p at ka soutni baz ma bato a byen, ni kenbe vwal la gran ouvri. Alò, piyaj la a gwo boutin nan te divize. Sila ki bwate a te pran piyaj la.
ISA 33:24 Pèp peyi a p ap di: “Mwen malad”. Moun ki rete la yo va padone pou inikite yo.
ISA 34:1 Rapwoche, O nasyon yo pou tande! Koute, o pèp yo! Kite latè ak tout sa ki ladann tande, e lemonn ak tout sa ki ladann.
ISA 34:2 Paske gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo e jijman Li brile kont tout lame yo. Li te detwi yo nèt. Li te donnen yo a yon gwo masak.
ISA 34:3 Konsa, mò yo va jete deyò. Kadav yo va fè movèz odè, e mòn yo va tranpe ak san yo.
ISA 34:4 Tout lame syèl la va vin efase. Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv; e tout lame li yo va vin fennen nèt, tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an, oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.
ISA 34:5 Paske nepe Mwen bwè ase nan syèl la. Gade byen, li va desann pou jije Édom ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.
ISA 34:6 Nepe SENYÈ a plen ak san. Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton, ak bouk yo, ak grès a ren belye. Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan Botsra, ak yon gwo masak nan peyi Édom.
ISA 34:7 Anplis, bèf mawon va desann ak yo, ak jenn towo, ak towo pwisan yo. Konsa, peyi yo va tranpe ak san, e pousyè yo va vin gra ak grès.
ISA 34:8 Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans, yon ane vanjans pou koz a Sion an.
ISA 34:9 Sous dlo li yo va devni goudwon e tè pousyè li kon souf. Peyi li va tounen goudwon k ap brile.
ISA 34:10 Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit. Lafimen li va monte jis pou tout tan. De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole. Okenn moun p ap pase ladann pou tout tan e pou tout tan.
ISA 34:11 Men grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li e ibou ak kònèy a va demere ladann. Li va tann sou li lign latwoublay, ak fil a plon vid la.
ISA 34:12 Yo va rele prens li yo a wayòm nan, menp ap gen k ap parèt. Tout prens li yo p ap anyen.
ISA 34:13 Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo, chadwon ak gwo raje nan gwo vil ranfòse yo. L ap devni yon kote frekante pa chen mawon. Li va fè kay tribinal pou otrich la.
ISA 34:14 Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo; kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li. Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la; l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze.
ISA 34:15 La, koulèv pyebwa a va fè nich li pou ponn ze; li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li. Menm bèt malfini yo va rankontre la, yo chak ak pwòp parèy yo.
ISA 34:16 Chache nan liv SENYÈ a, epi li: Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la; okenn p ap manke parèy yo. Paske bouch Mwen te pase lòd, e Lespri Li te ranmase yo.
ISA 34:17 Li te tire osò pou yo, e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a. Yo va posede kote a jis pou tout tan. De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann.
ISA 35:1 Savann nan ak dezè a va kontan. Tè dezole a va rejwi e fleri, tankou yon woz.
ISA 35:2 Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan, e fè yon kri lajwa. Glwa Liban an va bay a li menm; majeste a Carmen ak Saron an. Yo va wè glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.
ISA 35:3 Ankouraje men ki pèdi fòs, e ranfòse jenou ki fèb la.
ISA 35:4 Pale a sila ki gen kè twouble yo, “Pran kouraj! Pa pè! Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans. Rekonpans Li an va rive. Li va vini, e Li va sove nou.”
ISA 35:5 Konsa, zye avèg yo va louvri, e zòrèy a soud yo debouche.
ISA 35:6 Moun bwate yo va vòltije tankou sèf, e lang bèbè a va rele ak gwo jwa. Paske dlo va pete nan tè sèch yo, ak vwa dlo yo nan dezè a.
ISA 35:7 Peyi deseche a va vin tounen yon letan, e tè swaf kòn sous k ap pete dlo. Nan landwa chen mawon yo, nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.
ISA 35:8 Yon gran chemen va la, yon gran ri. Li va rele Chemen Sen an. Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.
ISA 35:9 Nanpwen lyon k ap la, ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li. Yo p ap twouve la. Men rachte yo va mache la.
ISA 35:10 Rachte a SENYÈ yo va retounen. Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. Yo va twouve kè kontan ak lajwa; tristès ak soupi va sove ale.
ISA 36:1 Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias la, Sanchérib, wa Assyrie a, te monte kont tout vil ranfòse Juda yo e te sezi yo.
ISA 36:2 Konsa, wa Assyrie a te voye Rabschaké sòti Lakis nan Jérusalem vè wa Ézéchias avèk yon gwo lame. Li te kanpe kote kanal la sou gran chemen a ki rele Chan Foule a.
ISA 36:3 Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay wa a, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, grefye achiv la, te sòti vin kote l.
ISA 36:4 Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias; ‘Se konsa gran wa a, wa Assyrie a pale: “Ki konfyans sa ou genyen an?
ISA 36:5 Mwen di ou ke Konsèy nou ak fòs pou fè lagè nou pa plis pase pawòl vid. Alò, de kilès nou va depann lè nou fè rebelyon kont mwen an?
ISA 36:6 Gade byen, ou depann de baton a wozo kraze sila a. Égypte menm. Men si yon nonm apiye kote li, baton li an ap antre nan men l e frennen l nèt. Se konsa Farawon, wa Égypte la ye pou tout sila ki depann de li yo.
ISA 36:7 Men si ou di m: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, èske se pa wo plas ak lotèl a Li menm yo ke Ézéchias te retire e te di Juda ak Jérusalem: ‘Ou va adore isit la devan lotèl sila a’?
ISA 36:8 Alò, pou rezon sa a, vin fè yon antant ak mèt mwen an, wa Assyrie a, e mwen va bannou de-mil cheval, si nou ka jwenn chevalye kont pou mete sou yo.
ISA 36:9 Kijan, alò, nou ka refize menm youn nan pi piti ofisye a mèt mwen yo pou depann de Égypte pou cha ak chevalye?
ISA 36:10 Èske konsa, mwen te monte san pèmisyon SENYÈ a, kont peyi sa a pou detwi l? SENYÈ a te di mwen: “Ale monte kont peyi sa a pou detwi l.”’”
ISA 36:11 Epi Éliakim, Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Alò, pale ak sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale ak nou an Jideyen nan zòrèy a moun ki sou miray yo.”
ISA 36:12 Men Rabschaké te di: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt nou ak nou menm pou pale pawòl sa yo, e pa a moun sila yo ki chita sou miray la, ki va oblije manje pwòp poupou yo e bwè dlo pipi yo ansanm avèk nou?”
ISA 36:13 Konsa Rabschaké te kanpe e te kriye ak yon gwo vwa an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl a gran wa a, wa Assyrie a.
ISA 36:14 Konsa pale wa a: ‘Pa kite Ézéchias pase nou nan tenten, paske li p ap ka delivre nou!
ISA 36:15 Ni pa kite Ézéchias fè nou mete konfyans nan SENYÈ a, oswa di nou: “Anverite SENYÈ a va delivre nou, vil sa a p ap bay nan men a wa Assyrie a.”’
ISA 36:16 Pa koute Ézéchias, paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè ak mwen, vin jwenn mwen, chak moun va manje nan pwòp chan rezen pa li, chak moun nan pwòp pye fig pa li, e chak moun va bwè dlo nan pwòp sitèn pa li,
ISA 36:17 jiskaske m vin mennen nou ale nan yon peyi tankou peyi pa nou an, yon peyi ak anpil sereyal ak diven nèf, yon peyi ak pen ak chan rezen.
ISA 36:18 Veye pou Ézéchias pa egare nou e di nou: “SENYÈ a va delivre nou”. Èske youn nan dye a nasyon yo te delivre tè li a anba men a wa Assyrie la?
ISA 36:19 Kote dye a Hamath ak Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo? Epi kilè yo te delivre Samarie nan men m?”
ISA 36:20 Se kilès pami tout dye peyi sila yo ki te delivre peyi pa yo nan men m, pou SENYÈ a ta delivre Jérusalem nan soti men m?’”
ISA 36:21 Men yo te pe la e pa t di l yon mo, paske lòd a wa a se te: “Pa reponn li”.
ISA 36:22 Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay la, Schebna, sekretè a ak Joach, fis a Asaph, achivist la, te rive kote Ézéchias ak rad yo chire, e te di li pawòl a Rabschaké yo.
ISA 37:1 Lè wa Ézéchias te tande sa, li te chire rad li, te kouvri kò l ak sak twal, e li te antre lakay SENYÈ a.
ISA 37:2 Li te voye Éliakim ki te chèf nan kay la avèk Schebna, grefye a ak ansyen a prèt yo, kouvri ak sak twal, kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la.
ISA 37:3 Yo te di l: “Men konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo malè, repwòch ak rejè; paske pitit yo rive nan lè pou yo fèt e nanpwen fòs pou akouche yo.
ISA 37:4 Petèt, SENYÈ Bondye ou a va tande pawòl a Rabschaké, ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye vivan an, e li va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande yo. Pou sa, leve lapriyè yo pou retay ki la toujou yo.’”
ISA 37:5 Se konsa sèvitè a Wa Ézéchias yo te rive kote Ésaïe.
ISA 37:6 Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale mèt nou an, ‘Se konsa SENYÈ a pale: “Pa pè akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo te blasfeme non Mwen.
ISA 37:7 Gade byen, Mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon rimè pou li retounen nan pwòp peyi li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.”’”
ISA 37:8 Pou sa a, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna, paske li te tande ke wa a te kite Lakis.
ISA 37:9 Lè li menm, wa Assyrie a tande yo pale de Tirhaka, wa Cush la: “Li te parèt deyò pou goumen kont nou,” epi lè l tande sa, li te voye mesaje yo kote Ézéchias e te di:
ISA 37:10 “Konsa ou va di a Ézéchias, wa a Juda a: ‘Pa kite Bondye ou a nan sila ou mete konfyans ou an pase ou anba rizib pou di ou: “Jérusalem p ap bay nan men wa Assyrie a.”
ISA 37:11 Gade byen, ou te tande sa ke wa Assyrie yo te fè a tout peyi yo, ke yo te detwi yo nèt. Konsa, èske ou va chape?
ISA 37:12 Èske dye a nasyon sa yo ke papa m te detwi yo te delivre yo; Gozan, Charan, Retseph, ak fis a Éden ki te Telassar yo?
ISA 37:13 Kote wa Hamath la, wa Arpad la, ak wa nan vil a Sepharvaïm lan, Héna, ak Ivva?’”
ISA 37:14 Ézéchias te pran lèt la nan men mesaje a, li te li li. Konsa, li te monte lakay SENYÈ a, e li te ouvri li devan SENYÈ a.
ISA 37:15 Ézéchias te priye a SENYÈ a e te di:
ISA 37:16 “O SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li anwo cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou menm sèl, sou tout wayòm latè yo. Ou te fè syèl la ak latè a.
ISA 37:17 Panche zòrèy Ou, O SENYÈ pou tande. Ouvri zye Ou, O SENYÈ pou Ou wè. Koute byen tout pawòl ke Sanchérib te voye pou repwoche Bondye vivan an.
ISA 37:18 Anverite O SENYÈ, wa Assyrie yo te detwi tout peyi yo ak tout tè pa yo.
ISA 37:19 Epi li te jete dye pa yo nan dife, paske se pa t dye yo te ye, men zèv ki te fèt pa men a lòm, ak bwa ak wòch. Konsa yo te detwi yo.
ISA 37:20 Koulye a, O SENYÈ, Bondye nou an, delivre nou soti nan men l pou tout wayòm latè yo ka konnen ke Ou menm sèl SENYÈ a, se Bondye.”
ISA 37:21 Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Akoz nou te priye a Mwen menm sou Sanchérib, wa Assyrie a,
ISA 37:22 men pawòl ke SENYÈ a fin pale kont li: Fi vyèj a Sion an desann ou nèt! Li pa bay ou valè. Fi a Jérusalem nan souke tèt li devan w!
ISA 37:23 Se kilès ou te meprize e blasfeme? Kont kilès ou te leve vwa ou, e kont kilès ou te leve zye ou ak ògèy la? Kont Sila Ki Sen an Israël la!
ISA 37:24 Ak sèvitè ou yo, ou te meprize SENYÈ a! Ou te di: ‘Ak tout cha mwen yo, mwen te monte sou wotè a mòn yo, kote pi izole nan Liban yo. Epi mwen va koupe bwa sèd li yo ak tout bwa pichpen pi bèl yo. Mwen va monte kote tèt mòn pi wo li a, nan forè pi bèl li yo.
ISA 37:25 Mwen te fouye pwi yo, mwen te bwè dlo yo e ak pla pye mwen, mwen fè tout rivyè an Égypte yo vin sèch.’”
ISA 37:26 “Èske ou pa t tande? Lontan sa, Mwen te fè li; depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye sa. Koulye a Mwen fin fè l rive, pou ou ta fè gwo vil fòtifye yo vin tounen gwo pil mazi.
ISA 37:27 Akoz sa, moun ki te rete ladann yo te manke fòs. Yo te plen konfizyon ak wont. Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt, tankou zèb sou twati kay ki fennen avan li fin grandi.
ISA 37:28 Men Mwen konnen lè ou chita ak lè ou sòti, lè ou antre ak lè ou fè laraj kont Mwen.
ISA 37:29 Akoz laraj ou fè kont Mwen, e akoz ògèy ou rive monte nan zòrèy Mwen; pou sa, Mwen va mete yon gwo kwòk nan nen ou ak brid Mwen nan lèv ou, e Mwen va vire fè ou tounen pa chemen ke ou te antre a.”
ISA 37:30 “Epi sa va sign pou ou: ou va manje ane sa a sa ki grandi pou li, nan dezyèm ane sa ki vin parèt menm jan an. Nan twazyèm ane a, plante, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi yo.
ISA 37:31 Retay lakay Juda ki chape a va ankò pran rasin anba pou donnen fwi anlè.
ISA 37:32 Paske soti nan Jérusalem, va vin parèt yon retay e sòti nan Mòn Sion, kèk moun ki chape. Zèl kouraj SENYÈ a va akonpli sa a.”
ISA 37:33 “Pou sa” pale SENYÈ a, pale konsènan wa Assyrie a konsa: “Li p ap rive nan vil sa a, ni tire yon flèch la. Li p ap parèt devan l ak boukliye, ni monte yon ran syèj kont li.
ISA 37:34 Pa menm chemen ke li te vini an, pa li menm li va retounen e li p ap rive sou vil sa a,’ deklare SENYÈ a.
ISA 37:35 ‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou pwòp koz pa M, e pou koz sèvitè Mwen an, David.’”
ISA 37:36 Epi zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri.
ISA 37:37 Konsa, Sanchérib, wa Assyrie a te sòti, te retounen lakay li e te rete Ninive.
ISA 37:38 Li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc, dye pa li a, ke Adrammélec ak Scharetser, fis li yo, te touye li ak nepe e yo te chape antre nan peyi Ararat. Konsa, Ésar-Haddon, fis li a, te renye nan plas li.
ISA 38:1 Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’”
ISA 38:2 Ézéchias te vire figi li vè mi kay la pou te priye a SENYÈ a.
ISA 38:3 Li te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ, mwen mande Ou souple, pou jan mwen te mache devan Ou nan verite, ak yon kè entèg e te fè sa ki te bon devan zye Ou.” Konsa, Ézéchias te plere byen fò.
ISA 38:4 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Ésaïe, epi te di l:
ISA 38:5 “Ale pale ak Ézéchias epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande lapriyè ou, Mwen te wè dlo ki t ap sòti nan zye ou. Gade byen, Mwen va mete kenzan sou lavi ou.
ISA 38:6 Mwen va delivre ou ak vil sa a soti nan men a wa Assyrie a, epi Mwen va defann vil sa a.”’
ISA 38:7 Konsa, sa va sign pou ou soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay sa ke Li te pale a:
ISA 38:8 Gade byen, Mwen va fè lonbraj sou eskalye a, lonbraj ki te desann avèk solèy la sou eskalye Achaz la, pou fè back dis pa.” Epi konsa lonbraj solèy la te fè bak dis pa sou menm eskalye kote li te desann nan.
ISA 38:9 Men yon chanson ke Ézéchias te ekri apre li te malad e te vin refè a:
ISA 38:10 Mwen te di: “Nan mitan lavi m, mwen gen pou antre nan pòtay Sejou mò yo. Mwen gen pou pèdi tout rès ane mwen yo.”
ISA 38:11 Mwen te di: “Mwen p ap wè SENYÈ a; SENYÈ nan peyi vivan yo. Mwen p ap wè moun ankò pami sila ki viv nan mond yo.
ISA 38:12 Tankou tant a yon bèje, lakay mwen va rache retire sou mwen. Tankou yon bòs twal, m ap woule fè monte lavi m. L ap koupe m fè m sòti nan ankadreman bòs twal la. Soti lajounen rive nan lannwit, Ou va fè yon fen ak mwen.
ISA 38:13 Mwen te kalme nanm mwen jis rive nan maten. Tankou yon lyon—se konsa Li kraze tout zo m, soti lajounen jis rive lannwit, ou fè yon fen ak mwen.
ISA 38:14 Tankou yon iwondèl, tankou yon zwazo se konsa mwen kriye. Mwen plenyen kon yon toutrèl. Zye m gade ak feblès vè wotè yo. O Senyè, mwen oprime! Fè m sekou!
ISA 38:15 Kisa mwen kapab di? Non sèlman Li te pale ak mwen, Men Li, Li menm, te fè l. Mwen va mache an règ pandan tout ane m yo akoz gou anmè kè m fin goute.
ISA 38:16 O Senyè, se pou bagay sa yo ke moun viv, e nan sa yo, lespri m jwenn lavi. Ou te fè m twouve lasante e te fè m viv!
ISA 38:17 Alò, mwen te manke gen lapè; men Ou menm ki te kenbe nanm mwen, pou l pa antre nan fòs gwo abim nan, Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.
ISA 38:18 Paske Sejou mò yo p ap ka remèsye Ou. Lanmò menm p ap ka bay Ou lwanj. Sila ki desann nan fos yo p ap ka gen espwa fidelite Ou.
ISA 38:19 Se vivan, vivan yo ki bay Ou remèsiman, tankou mwen menm, mwen fè jodi a. Yon papa va pale ak fis li yo selon fidelite Ou.
ISA 38:20 Anverite, SENYÈ a va sove mwen. Konsa, nou va chante chanson mwen yo sou enstriman kòd yo pou tout lavi nou lakay SENYÈ a.”
ISA 38:21 Alò Ésaïe te di: “Kite yo fè yon pomad ak gato fig etranje e mete li sou abse a, pou l ka geri.”
ISA 38:22 Epi Ézéchias te di: “Se kisa k ap sign ke mwen va monte lakay SENYÈ a?”
ISA 39:1 Nan lè sa a Merodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylone nan, te voye lèt ak yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke li te malad, e li te refè.
ISA 39:2 Ézéchias te kontan e te montre yo tout trezò lakay li yo; ajan ak lò a, epis ak lwil presye, tout zam li yo ak tout sa ki te la nan trezò a. Pa t gen anyen lakay li a ni nan tout wayòm li an ke Ézéchias pa t montre yo.
ISA 39:3 Alò, Ésaïe, pwofèt la, te vin kote Wa Ézéchias. Li te di l: “Se kisa mesye sa yo te di, e se kibò yo sòti pou vin kote nou la a?” Ézéchias te di: “Yo vin kote m soti nan yon peyi lwen, Babylone.”
ISA 39:4 Li te di: “Se kisa yo te wè lakay ou a?” Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke mwen pa t montre yo.”
ISA 39:5 Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande pawòl SENYÈ dèzame yo,
ISA 39:6 ‘Gade byen, jou yo ap vini lè tout sa ki lakay ou ak tout sa ke papa ou yo te mete nan depo, jis rive nan jodi a, va pote ale Babylone. Anyen p ap rete’, pale SENYÈ a.
ISA 39:7 ‘Va gen kèk nan fis ou yo ki sòti nan ou menm, ke ou va fè. Yo va pote ale, e yo va vin fè ofisye nan palè a wa Babylone nan.’”
ISA 39:8 Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ ke ou te pale a, bon.” Paske li te panse: “Ap gen lapè ak verite nan jou mwen yo.”
ISA 40:1 “Konsole, O konsole pèp Mwen an,” pale Bondye ou an.
ISA 40:2 “Pale ak dousè ak Jérusalem. Rele a li menm, ke konfli li fini an, ke inikite li retire a, ke li te resevwa nan men SENYÈ a doub pou tout peche li yo.”
ISA 40:3 Yon vwa k ap rele fò, “Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a! Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.
ISA 40:4 Kite tout vale yo vin leve wo, e tout mòn ak kolin yo vin ba. Kite move tèren an vin pla, e tèren difisil yo vin yon vale ki swa.
ISA 40:5 Glwa a SENYÈ a va vin parèt, e tout chè va wè sa ansanm; paske bouch a SENYÈ a fin pale.”
ISA 40:6 Yon vwa pale: “Rele fò.” Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?” “Tout chè se zèb, e tout bèlte li se tankou flè nan chan.
ISA 40:7 Zèb la fennen, flè a pèdi koulè l, depi souf SENYÈ a soufle sou li. Anverite, pèp la se zèb.
ISA 40:8 Zèb la fennen, flè a pèdi koulè l, men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”
ISA 40:9 Mete ou menm sou yon mòn ki wo, O Sion, ki pote bòn nouvèl. Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa, O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la! Leve wo! Pa pè anyen! Di a vil Juda yo: Men Bondye nou an!
ISA 40:10 Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini ak pwisans. Se bra L k ap kòmande pou Li. Gade byen salè Li avè L, e rekonpans li devan L.
ISA 40:11 Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li. Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo, e pote yo sou lestonmak Li. Ak dousè, Li va mennen manma a ak ti mouton piti yo.
ISA 40:12 Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L? Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri; ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi, ki te peze mòn yo nan gwo balans, e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?
ISA 40:13 Se kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a, oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?
ISA 40:14 Ak kilès Li te konsilte, e se kilès ki te bay Li bon konprann? Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la, ki te enstwi Li nan konesans, e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?
ISA 40:15 Gade byen, nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit; yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la. Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.
ISA 40:16 Menm Liban pa kont pou brile, ni bèt li yo pa kont pou fè ofrann brile.
ISA 40:17 Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L, Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.
ISA 40:18 A kilès, alò, nou ta konpare Bondye? Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?
ISA 40:19 Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l, ak òfèv ki kouvri l ak lò e fè chenn li an ajan,
ISA 40:20 Sila ki twò pòv pou fè ofrann sa a, pran yon pyebwa ki pa konn pouri; li chache jwenn yon mèt atizan pou prepare yon zidòl ki p ap deplase.
ISA 40:21 Èske nou pa konnen? Èske nou pa konn tande? Èske sa pa t deklare a nou menm depi nan kòmansman? Èske nou pa t konprann sa depi nan fondasyon latè yo?
ISA 40:22 Se Li menm ki chita anwo wonn tè a ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan; ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.
ISA 40:23 Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen, ki fè jij latè yo vin san sans.
ISA 40:24 Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen, apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a, Li sèlman soufle sou yo, e yo fennen poutanpèt la pote yo ale tankou pay.
ISA 40:25 “Alò, ak kilès ou va konpare Mwen, pou M ta kapab vin egal avè l?” pale Sila Ki Sen an.
ISA 40:26 Leve zye nou anlè, e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo; Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo. Li rele yo tout pa non yo. Akoz grandè a pwisans Li ak fòs pouvwa Li, nanpwen youn nan yo ki manke.
ISA 40:27 Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël: “Chemen Mwen an kache de SENYÈ a e jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?
ISA 40:28 Èske nou pa konnen? Èske nou pa tande? Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a, Kreyatè a dènye pwent latè a, pa konn fatige, ni bouke. Konprann pa Li depase tout bon konprann.
ISA 40:29 Li bay fòs a sila ki fatige yo, e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
ISA 40:30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke, e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
ISA 40:31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf; yo va monte anwo ak zèl kon èg. Yo va kouri, e yo p ap bouke; yo va mache, e yo p ap fatige.
ISA 41:1 “Peyi kot lanmè yo, koute Mwen an silans e kite pèp yo renouvele fòs yo. Kite yo vin parèt pa devan, konsa, kite yo pale. Annou reyini ansanm pou fè jijman.
ISA 41:2 Kilès ki te fè leve youn k ap soti nan lès? Kilès ki te rele li vin kanpe a pye nan ladwati a? Li livre nasyon yo devan li e Li fè wa yo soumèt; li fè yo tankou pousyè ak nepe li, tankou pay k ap chase pa van devan banza li.
ISA 41:3 Li kouri dèyè yo, e Li pase san danje, menm nan yon chemen kote li pa t konn pase ak pye li.
ISA 41:4 Se kilès ki te fè sa a e ki te acheve li; ki te rele fè parèt tout jenerasyon yo soti nan kòmansman? Mwen, SENYÈ a, se premye a ak dènye a. Mwen se Li.”
ISA 41:5 Peyi kot yo te wè e yo gen lakrent; dènye pwent latè yo tranble. Yo rapwoche; yo rive.
ISA 41:6 Chak moun ap ede vwazen li. Yo di a frè yo: “Pran kouraj!”
ISA 41:7 Konsa, bòs atizan an ankouraje bòs fonn metal la. Sila ki fè metal vin poli ak mato a ankouraje sila k ap bat fè a. Li di a sila k ap soude a: “Li bon”. Li kloure li ak klou pou l rete nan plas li.
ISA 41:8 Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an, Jacob ke M te chwazi a, desandan Abraham nan, zanmi Mwen an;
ISA 41:9 ou menm, ke M te pran soti nan tout ekstremite latè yo, e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou: ‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou e Mwen pa t rejte ou.’
ISA 41:10 Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.
ISA 41:11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo va vin wont e dezonore. Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi se pa anyen e yo va peri.
ISA 41:12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo, men ou p ap jwenn yo. Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi se pa anyen e yo p ap egziste ankò.
ISA 41:13 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, ki soutni men dwat Ou, ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.
ISA 41:14 “Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la, nou menm mesye Israël yo. Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a. “Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.
ISA 41:15 Gade byen, Mwen te fè ou vin yon zouti tounèf, byen file tou de bò, pou kraze vannen rekòlt la. Ou va vannen mòn yo, kraze yo fen, e fè kolin yo vin tankou pay.
ISA 41:16 Ou va vannen yo; van an va pote yo ale e tanpèt va gaye yo. Men ou va rejwi nan SENYÈ a; ou va fè lwanj Sila Ki Sen an Israël la.
ISA 41:17 Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen; lang yo sèch ak swaf la. Mwen menm, SENYÈ a, va reponn yo. Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.
ISA 41:18 Mwen va ouvri rivyè yo sou wotè ki vid yo ak sous nan mitan vale yo. Mwen va fè dezè a vin yon letan dlo, e tè sèch la yon fontèn dlo.
ISA 41:19 Mwen va plase pye sèd nan dezè a, pye akasya, ak pye jasmen ak pye doliv. Mwen va mete pye pichpen nan dezè a ansanm ak pye bwadòm;
ISA 41:20 pou yo ka wè, vin rekonèt, reflechi e ranmase bon konprann ansanm, ke men SENYÈ a te fè sa, ke Sila Ki Sen an Israël te kreye li a.
ISA 41:21 “Prezante ka nou yo”, pale SENYÈ a. “Pote gwo diskou nou yo”, pale Wa a Jacob la.
ISA 41:22 Mennen fè yo vin parèt e deklare a nou menm sa ki va rive! Epi pou evenman lontan yo, deklare kisa yo te ye, pou nou ka konsidere yo, e konnen kijan y ap sòti. Oswa, anonse a nou menm sa k ap vini an.
ISA 41:23 Deklare bagay ki va vin rive apre yo, pou nou ka konnen ke se dye nou ye. Anverite, fè byen, oswa fè mal, pou nou ka gade toupatou ansanm ak kè twouble.
ISA 41:24 Gade byen, nou pou ryen e zèv nou yo pa pou anyen. Sila ki pito nou an se yon abominnasyon.
ISA 41:25 Mwen te fè leve yon moun soti nan nò e li vin parèt; depi nan solèy leve a, li va rele non Mwen; li va vini sou chèf yo, kon sou mòtye, tankou bòs kanari mache sou ajil.
ISA 41:26 Se kilès ki te deklare sa depi nan kòmansman an, pou nou ta ka konnen? Oswa depi tan ansyen yo, pou nou ta kapab di: “Li se vrè”? San dout, pa t gen moun ki te deklare sa; san dout, pa t gen moun ki te pwoklame sa; san dout, pa t gen moun ki te tande pawòl sila yo.
ISA 41:27 Mwen se premye pou di a Sion: ‘Men vwala, men yo la;’ epi a Jérusalem: ‘Mwen va voye yon mesaje bòn nouvèl’.
ISA 41:28 Men lè M gade, nanpwen pèsòn e pa gen konseye pami yo, ki, si M te mande, ta kapab bay yon repons.
ISA 41:29 Gade byen, yo tout fo. Zèv yo san valè. Imaj fonn yo se van ak konfizyon.
ISA 42:1 “Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.
ISA 42:2 Li p ap kriye menm, ni leve vwa l, ni fè vwa l tande nan lari.
ISA 42:3 Yon wozo ki brize, Li p ap kase, e yon fisèl bouji ki brile fèb, Li p ap etenn. Ak fidelite, Li va mennen lajistis e fè l vin parèt.
ISA 42:4 Li p ap dekouraje oswa vin kraze jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè, epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”
ISA 42:5 Konsa pale Bondye SENYÈ a ki te kreye syèl yo e ki tann yo, ki te fè latè vin laj ak tout sa ki viv ladann, ki bay souf a tout pèp ki vivan sou li, e lespri lavi a tout moun ki mache ladann,
ISA 42:6 Mwen menm se SENYÈ a. Mwen te rele Ou nan ladwati. Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men. Mwen va pran swen Ou. Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la, kon yon limyè pou nasyon yo,
ISA 42:7 pou ouvri zye avèg yo, pou mennen prizonye yo sòti nan kacho a, e fè sila ki viv nan tenèb yo sòti nan prizon an.
ISA 42:8 “Mwen se SENYÈ a. Sa se non Mwen. Mwen p ap bay glwa Mwen a yon lòt, ni lwanj Mwen a imaj taye.
ISA 42:9 Gade byen, ansyen bagay yo te fin akonpli; koulye a, Mwen deklare bagay nèf yo. Avan yo leve vin parèt, Mwen pwoklame yo a nou menm.”
ISA 42:10 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè! Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann, nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.
ISA 42:11 Kite dezè a ak vil li yo leve vwa yo; anplasman kote Kédar rete a. Kite sila ki rete nan Sela a chante anlè; kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.
ISA 42:12 Kite yo bay glwa a SENYÈ a e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.
ISA 42:13 SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye, li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè. Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè. Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.
ISA 42:14 Mwen te rete an silans depi lontan sa. Mwen te rete kalm e te kontwole Mwen. Koulye a, tankou yon fanm k ap fè pitit, Mwen va plenyen. Mwen va rale gwo souf e respire fò.
ISA 42:15 Mwen va ravaje tout mòn yo ak kolin yo, e zèb ak raje yo va vin fennen nèt. Mwen va fè rivyè lafen lil yo, e seche letan.
ISA 42:16 Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen, nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo. Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo e move kote yo va vin plat. Se bagay sa yo Mwen va fè e Mwen p ap kite yo pa fèt.
ISA 42:17 “Sila ki mete konfyans yo nan zidòl yo e ki di a imaj fonn yo: ‘Se nou menm ki dye pa nou’, va voye tounen pa dèyè e va vin wont nèt.
ISA 42:18 “Tande, nou menm ki soud! Epi gade, nou menm ki avèg, pou nou ka wè.
ISA 42:19 Se kilès ki avèg sof ke sèvitè Mwen an, oswa tèlman soud tankou mesaje ke Mwen voye a? Se kilès ki avèg tankou sila ki anpè avè M, oswa tèlman avèg tankou sèvitè a SENYÈ a?
ISA 42:20 Nou te wè anpil bagay, men nou pa swiv yo; zòrèy nou louvri, men nanpwen moun ki tande.
ISA 42:21 SENYÈ a te kontan pou koz ladwati Li; pou fè lalwa a gran e plen respè.
ISA 42:22 Men pèp sa a se yon pèp depouye e piyaje. Yo tout kole nan kav yo oswa kache nan prizon yo. Yo devni viktim san okenn moun ki pou delivre yo; yon piyaj san okenn moun ki pou di: “Restore yo!”
ISA 42:23 Se kilès pami nou k ap prete zòrèy a sa a? Kilès k ap okipe sa e kòmanse koute depi koulye a?
ISA 42:24 Se kilès ki te livre Jacob pou l depouye e Israël a piyajè yo? Èske se pa t SENYÈ a, kont sila nou te peche a? Paske yo te refize mache nan chemen Li yo; ni yo pa t swiv lalwa Li.
ISA 42:25 Pou sa, Li te vide sou li chalè kòlè Li ak fòs kouraj batay la. Sa te fè l pran flanm toupatou, men li pa t rekonèt sa a. Li t ap brile l, men li pa t okipe sa.”
ISA 43:1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob, e Sila ki te fòme ou a, O Israël: “Pa pè, paske Mwen te rachte ou. Mwen te rele ou pa non ou. Se pa M ou ye!
ISA 43:2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo, Mwen va la avèk ou; epi nan rivyè yo, yo p ap debòde sou ou. Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, ni flanm nan p ap brile ou.
ISA 43:3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, Sila Ki Sen An de Israël la, Sovè ou a. Mwen te bay Égypte kon ranson ou Cush ak Saba nan plas ou.
ISA 43:4 Akoz ou presye nan zye M, akoz ou gen gran valè e Mwen renmen ou, Mwen va bay lòt moun nan plas ou e lòt pèp an echanj pou lavi ou.
ISA 43:5 Pa pè, paske Mwen avèk ou; Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès e ranmase ou nan lwès.
ISA 43:6 Mwen va di a nò: ‘Lage yo!’ Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’ Mennen fis Mwen yo soti lwen e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo—
ISA 43:7 tout moun ki rele pa non Mwen e ke Mwen te kreye pou glwa Mwen, ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”
ISA 43:8 Mennen fè parèt pèp ki avèg la, malgre yo gen zye e soud la, malgre yo gen zòrèy.
ISA 43:9 Kite tout nasyon yo reyini ansanm e tout pèp yo rasanble. Kilès pami yo ki kapab deklare sa e pwoklame a nou menm bagay a tan ansyen yo? Kite yo prezante temwen pa yo pou yo ka jistifye, oswa kite yo tande e di: “Sa se vrè”.
ISA 43:10 “Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a, “Ak sèvitè ke M te chwazi; pou nou ka konnen, kwè nan Mwen e konprann ke Mwen se Li menm nan. Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme e apre Mwen, p ap gen menm.
ISA 43:11 Mwen menm, Mwen se SENYÈ a e nanpwen sovè apa de Mwen menm.
ISA 43:12 Se Mwen ki te deklare, sove, pwoklame e pat genyen dye etranje pami nou. Konsa, nou se temwen M”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen se Bondye.
ISA 43:13 Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm e pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M; Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?”
ISA 43:14 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè nou an, Sila Ki Sen an Israël la; “Pou koz nou, Mwen voye kote Babylone e Mwen va mennen yo tout desann kote nou kon kaptif, menm Kaldeyen yo nan bato anndan sila yo rejwi yo.
ISA 43:15 Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, Kreyatè Israël la, Wa nou an.”
ISA 43:16 Konsa pale SENYÈ a, ki fè yon wout sou lanmè a, e yon chemen nan dlo pwisan yo,
ISA 43:17 Ki mennen fè parèt cha avèk cheval la, lame ak mesye pwisan an, (Yo va kouche ansanm e yo p ap leve ankò; yo te etenn tankou yon fisèl bouji):
ISA 43:18 Pa kite ansyen bagay yo antre nan tèt nou, ni reflechi sou bagay ki fin pase.
ISA 43:19 Gade byen, Mwen va fè yon bagay tounèf; koulye a, li va pete vin parèt. Èske nou p ap rekonèt li? Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè, ak rivyè yo nan dezè a.
ISA 43:20 Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm, chen mawon nan chan yo ak otrich yo, akoz Mwen te bay dlo nan savann nan e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.
ISA 43:21 Pèp ke M te fòme pou Mwen an va deklare lwanj Mwen.
ISA 43:22 Men ou pa t rele Mwen, O Jacob; men ou tevin fatige ak Mwen, O Israël.
ISA 43:23 Ou pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo. Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo, ni fè ou fatige ak lansan.
ISA 43:24 Ou pa t mennen ban M kann dous ak lajan, ni ou pa t plen M ak grès a sakrifis ou yo. Olye de sa, ou te chaje Mwen ak peche ou yo. Ou te fatige M ak inikite ou yo.
ISA 43:25 Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.
ISA 43:26 Mete M nan memwa ou. Annou diskite ka nou ansanm. Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou.
ISA 43:27 Premye zansèt ou yo te peche, e enstriktè ou yo te trangrese kont Mwen.
ISA 43:28 Pou sa, Mwen va deklare prens a sanktyè yo pa pwòp; Mwen va fè Jacob yon malediksyon, e Israël kon yon repwòch.
ISA 44:1 “Men koulye a, koute, O Jacob, sèvitè Mwen an; Israël ke M te chwazi a.
ISA 44:2 Konsa pale SENYÈ ki te fè ou a, ki te fòme ou soti nan vant lan, ki va bay ou soutyen, k ap di: ‘Pa pè, O Jacob, sèvitè Mwen an; ak ou menm Israël ke M te chwazi a.
ISA 44:3 Paske Mwen va vide dlo sou yon tè ki swaf e vwa dlo sou tè ki sèch. Mwen va vide Lespri M sou ras ou e benediksyon sou desandan ou yo;
ISA 44:4 konsa, yo va vin vòltije pami zèb kon bwa akote sous dlo.’
ISA 44:5 Sila a va di: ‘Mwen pou SENYÈ a;’ epi lòt la va rele sou non Jacob; epi yon lòt va ekri sou men l: ‘Apatyen a SENYÈ a’, epi va nonmen non Israël ak respè.
ISA 44:6 Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la, ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo: Mwen se premye a e Mwen se dènye a; nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.
ISA 44:7 Se kilès ki tankou Mwen? Kite li pwoklame e deklare sa; Wi, kite li pale M sa an lòd. Depi lè ke M te etabli ansyen nasyon an. Epi kite yo deklare a yo menm bagay k ap vini yo ak evenman ki va rive yo.
ISA 44:8 Pa tranble, pa pè. Èske depi lontan, Mwen pa t anonse sa a nou menm e te demontre nou sa? Konsa, nou se temwen M. Èske gen okenn Bondye sof ke Mwen menm? Anverite, nanpwen! Mwen pa konnen okenn lòt Wòch.”
ISA 44:9 Sila ki fè yon imaj taye yo, tout se pou ryen. Sa ke yo bay enpòtans yo, pa gen benefis. Menm pwòp temwen pa yo pa wè ni konnen. Yo pa ka menm vin wont.
ISA 44:10 Se kilès ki te fòme yon dye, oswa te fè yon zidòl fonn ki san benefis?
ISA 44:11 Gade byen, tout zanmi l yo va vin wont, paske bòs atizan yo menm se sèlman lòm. Kite yo rasanble yo menm, kite yo kanpe, kite yo tranble, kite yo tout ansanm vin wont.
ISA 44:12 Moun nan fòme bout fè a pou fè yon zouti pou koupe. Yon travay ki fèt sou chabon limen. Li fòme li ak mato, e travay li ak bra li ki fò. Anplis, li vin grangou e pèdi fòs; li pa bwè dlo e li vin fatige.
ISA 44:13 Yon lòt taye bwa, li mezire li ak mèt mezi; li trase sou li ak lakrè wouj. Li travay li ak rif la, trase l ak konpa e fè li sanble ak fòm a yon moun, tankou bèlte a lòm, pou l ka plase li anndan yon kay.
ISA 44:14 Anverite, li koupe bwa sèd yo pou kont li, pran yon bwa pichpen oswa yon bwadchenn e leve li pou kont li pami bwa forè yo. Li plante yon bwa pen e lapli fè l grandi.
ISA 44:15 Epi li devni yon bagay pou moun ka brile. Li pran kèk nan li pou l ka chofe e anplis, fè dife pou kwit pen. Anplis li fè yon dye epi l adore l. Li fè li yon imaj taye e li tonbe ba devan l.
ISA 44:16 Mwatye li, li brile nan dife; sou mwatye sa a, li manje vyann pandan li kwit yon gwo mòso e li satisfè. Anplis, li chofè kò l epi di: “Aha, koulye a mwen fin chofe ase; mwen te wè dife a.”
ISA 44:17 Men rès la, li sèvi pou fòme yon dye, imaj taye pa li. Li tonbe ba devan l pou adore l; anplis, li priye a li menm e di: “Delivre m, paske se ou ki dye mwen.”
ISA 44:18 Yo pa konnen, ni yo pa konprann, paske Li te fèmen zye yo pou yo pa wè e kè yo pou yo pa konprann.
ISA 44:19 Nanpwen moun ki sonje, ni pa gen konesans ni konprann pou l ta di: “Mwen te brile mwatye li nan dife a e anplis, mwen te kwit pen sou chabon li. Mwen boukannen vyann, e mwen manje li. Èske m ap fè rès la vin yon abominasyon? Èske mwen va tonbe ba devan yon bout bwa!”
ISA 44:20 L ap manje sou sann yo. Yon kè ki twonpe te mennen l sou kote. Li p ap kapab delivre nanm li menm. Ni li pa mande: “Èske pa gen manti nan men dwat mwen?”
ISA 44:21 “Sonje bagay sa yo, O Jacob e Israël, paske ou se sèvitè Mwen, O Israël. Mwen p ap janm bliye ou.
ISA 44:22 Mwen te efase transgresyon ou yo tankou yon nwaj byen pwès, ak peche ou yo tankou yon nwaj. Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.”
ISA 44:23 Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa! Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo! Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo, O forè ak tout pyebwa ki ladann yo; paske SENYÈ a te rachte Jacob, e an Israël, Li va devwale glwa Li.
ISA 44:24 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a e sila ki te fè ou soti nan vant lan: “Mwen, SENYÈ a, se Kreyatè a tout bagay, Mwen te lonje ouvri syèl yo pou kont Mwen, e Mwen te lonje ouvri latè, Mwen sèl Mwen;
ISA 44:25 ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo; ki te devwale divinò yo tankou moun fou, ki te fè mesye saj yo rale fè bak, pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;
ISA 44:26 ki te konfime pawòl a sèvitè Li a e te acheve bi a mesaje Li yo. Se Mwen menm ki di de Jérusalem: Li va gen moun ladann!’ Epi a vil a Juda yo: ‘Yo va bati.’ Konsa, Mwen va fè leve mazi li yo ankò.
ISA 44:27 Se Mwen menm ki pale a fon lanmè a: ‘Vin sèch,’ e Mwen va fè rivyè ou yo vin sèk.
ISA 44:28 Se Mwen menm ki di de Cyrus: ‘Li se bèje Mwen, epi li va acheve tout volonte mwen.’ Li va deklare a Jérusalem: ‘Li va bati,’ e de tanp lan: ‘Fondasyon ou yo va poze.’”
ISA 45:1 Konsa pale SENYÈ a a Cyrus, onksyone Li a, ke M te pran pa men dwat la, pou soumèt nasyon yo devan l e pou lache senti a wa yo, pou ouvri pòt devan l pou pòtay yo pa fèmen:
ISA 45:2 “Mwen va ale devan ou pou fè move kote yo vin swa. Mwen va kraze pòt an bwonz yo e fin koupe nèt ba an fè li yo.
ISA 45:3 Mwen va bay ou trezò lannwit yo ak richès k ap kache kote sekrè yo, pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a, Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.
ISA 45:4 Pou koz sèvitè Mwen an, Jacob ak Israël, sila ke M te chwazi a, Mwen te, anplis, rele ou pa non ou. Mwen te bay ou yon tit k ap respekte, malgre ou pa t rekonèt Mwen.
ISA 45:5 Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt. Apa de Mwen menm, pa gen Bondye. Mwen va fòtifye ou, malgre ou pa t rekonèt Mwen;
ISA 45:6 ke lèzòm ka konnen depi solèy leve jiskaske solèy kouche, ke nanpwen lòt sof ke Mwen menm. Mwen se SENYÈ a e nanpwen lòt;
ISA 45:7 Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a, ki fè bonè e ki kreye malè. Mwen se SENYÈ a, ki fè tout sila yo.
ISA 45:8 Degoute depi anwo, O syèl yo, e kite nwaj yo vide fè ladwati desann. Kite latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi, pou fè ladwati vòltije monte avè l. Mwen, SENYÈ a te kreye l.
ISA 45:9 Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a— yon veso fèt ak tè pami veso latè yo! Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’ Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?
ISA 45:10 Malè a sila ki di a yon papa: ‘Ki kalite bagay ou te fè la?’ Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’”
ISA 45:11 Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël ak Kreyatè li a: “Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo!
ISA 45:12 Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li. Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M e mete tout lame selès pa yo an lòd.
ISA 45:13 Mwen te fè leve nan li ladwati e Mwen va fè wout li yo swa. Li va bati vil Mwen, e va kite egzile Mwen yo vin libere, pa pou pèyman oswa rekonpans,” pale SENYÈ dèzame yo.
ISA 45:14 Konsa pale SENYÈ a: “Prodwi a Égypte yo ak machandiz a Ethiopie a ak Sabeyen yo, mesye a gran tay yo, va vin travèse kote ou. Yo va pou ou. Yo va mache dèyè w. Yo va vini ak chenn sou yo, e va bese devan ou; yo va fè siplikasyon a ou menm. ‘Anverite Bondye pami nou; e pa gen lòt. Nanpwen lòt Bondye’”
ISA 45:15 Anverite, Ou se yon Dye ki kache tèt Li, O Bondye Israël la, Sovè a!
ISA 45:16 Yo va desi, imilye menm, yo tout. Sa yo ki fabrike zidòl yo va sòti ansanm ak gwo wont.
ISA 45:17 Israël va sove pa SENYÈ a, ak yon sali ki pou tout tan. Ou p ap vin wont, ni imilye jiska letènite.
ISA 45:18 Paske SENYÈ a ki te kreye syèl la ak tè a, Dye a ki te fòme tè a e ki te fè l la; Ki te etabli li, e Li pa t kreye li vid, men te fòme l pou moun ka viv ladann di: “Mwen se SENYÈ a. Nanpwen lòt.
ISA 45:19 Mwen pa t pale an sekrè, nan yon peyi fènwa. Mwen pa t di a desandan Jacob yo, ‘Chache M anven.’ Mwen, SENYÈ a, pale ladwati. Mwen deklare sa ki dwat.”
ISA 45:20 “Rasanble nou e vini. Rapwoche nou ansanm, nou menm, refijye a nasyon yo. Lòt yo pa gen konesans; sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou, e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.
ISA 45:21 Deklare e prezante ka nou an. Anverite, kite yo fè konsiltasyon ansanm. Se kilès ki te anonse sa depi nan tan ansyen yo, ki te deklare sa depi lontan? Èske se pa Mwen, SENYÈ a? Epi nanpwen lòt Dye sof ke Mwen, yon Dye ladwati e yon Sovè. Nanpwen lòt sof ke Mwen.
ISA 45:22 “Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo; paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.
ISA 45:23 Mwen te sèmante pa Mwen menm, pawòl la te fin sòti nan bouch Mwen nan ladwati e li p ap vire fè bak; ke a Mwen menm, tout jenou va koube e tout lang va sèmante fidelite.
ISA 45:24 Yo va di de Mwen: ‘Se sèlman nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’” Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te fè laraj kont Li va vin wont nèt.
ISA 45:25 Nan SENYÈ a, tout desandan Israël yo va vin jistifye e va rejwi!
ISA 46:1 Bèl vin pwostène, Nebo koube nèt. Imaj pa yo konn pote sou bèt; menm sou tout kalite bèt domestik. Bagay ke nou pote yo se chaj lou; yon fado ki pèze sa yo ki fatige.
ISA 46:2 Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm. Yo pa t ka delivre chaj lou a, men yo menm vin prizonye yo.
ISA 46:3 Koute Mwen, O lakay Jacob ak tout retay lakay Israël la; nou menm ki te pote menm depi nan nesans, ki te pote depi nan vant.
ISA 46:4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li, e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou. Mwen te fè, e Mwen va pote. Mwen va pote, e Mwen va delivre.
ISA 46:5 A kilès nou ta fè Mwen sanble, fè Mwen vin egal e konpare Mwen, konsi nou te menm bagay?
ISA 46:6 Kèk konn vide lò ki sòti nan bous, oswa peze ajan sou balans. Anplwaye yon òfèv, e l ap fè l vin tounen yon dye. Yo pwostène— e anverite, yo adore l.
ISA 46:7 Yo fè l monte sou zepòl pou pote l; yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la. Li p ap ka deplase nan plas li. Malgre yon moun ta kriye anvè li, li p ap ka reponn; li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.
ISA 46:8 Sonje sa e kanpe fèm kon gason; kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo.
ISA 46:9 Sonje ansyen bagay ki pase lontan yo, paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt. Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,
ISA 46:10 ki deklare lafen depi nan kòmansman e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”
ISA 46:11 M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès, yon nonm volonte Mwen an, k ap soti nan yon peyi lwen. Anverite, Mwen te pale. Anverite, Mwen va fè sa rive. Mwen ki te fè plan an; Mwen k ap fè l rive.
ISA 46:12 Koute Mwen, nou menm, moun tèt di, ki lwen ladwati yo!
ISA 46:13 Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre. Li pa lwen, epi sali Mwen p ap fè reta. Mwen va bay sali nan Sion e glwa Mwen a Israël.
ISA 47:1 “Vin desann chita nan pousyè a, O fi vyèj Babylone nan; Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo! Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.
ISA 47:2 Pran yon wòch moulen pou moulen farin. Retire vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo. Travèse rivyè yo.
ISA 47:3 Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt. Mwen va pran vanjans e Mwen p ap bliye pèsòn.”
ISA 47:4 Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li, Sila Ki Sen an Israël la.
ISA 47:5 Chita an silans e antre nan fènwa a, O fi a Kaldeyen yo, paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.
ISA 47:6 Mwen te fache ak pèp Mwen an; Mwen te pwofane eritaj Mwen an, e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou. Ou pa t montre yo gras, men menm ak granmoun nan vyeyès yo, ou te fè jouk ou byen lou.
ISA 47:7 Malgre, ou te di: ‘Se rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’ Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.
ISA 47:8 “Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo, ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou: ‘Se mwen menm e nanpwen lòt. Mwen p ap janm chita tankou yon vèv, ni konnen pèt timoun.’
ISA 47:9 Men de bagay sa yo va rive sou nou sibitman nan yon jou: pèt a pitit ak afè vin vèv la. Yo va rive an mezi plen nèt; malgre tout maji nou ak gwo pouvwa wanga nou konn fè yo.
ISA 47:10 Ou te santi ou te byen pwoteje nan mechanste ou e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’. Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou; paske nan kè ou, ou te di: ‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.
ISA 47:11 Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen maji pou detounen. Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou. Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk va rive sou ou sibitman.
ISA 47:12 Kanpe fèm nan tout maji ak wanga ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo. Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.
ISA 47:13 Ou vin fatige ak tout konseye yo. Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo, k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo, vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.
ISA 47:14 Gade byen, yo tankou pay. Dife ap brile yo. Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo. P ap gen chabon ki pou chofe kò yo, ni flanm dife pou yo chita devan l!
ISA 47:15 Men kijan tout travay lavi w ap tèmine: Tout sa yo ki fè komès ak ou depi nan jenès ou yo va mache egare nan chemen pa yo; nanpwen moun ki pou ta sove ou.
ISA 48:1 “Tande sa, O lakay Jacob, ki rele pa non Israël, ki te sòti nan dlo Juda a. Nou sèmante pa non SENYÈ a, e envoke Bondye Israël la, men san verite e san ladwati.
ISA 48:2 Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an e yo depann sou Bondye Israël la; SENYÈ dèzame se non Li.
ISA 48:3 Mwen te deklare ansyen bagay lontan yo, yo te sòti nan bouch Mwen e Mwen te pwoklame yo. Sibitman Mwen te fè yo, e yo te vin rive.
ISA 48:4 Akoz Mwen konnen ke tèt ou di, kou ou tankou ba fè, e fwontèn ou tankou bwonz;
ISA 48:5 pou sa, Mwen te deklare sa a ou menm lontan sa; avan yo te rive, Mwen te pwoklame yo a Ou menm, pou ou pa ta di: ‘Se zidòl mwen an ki te fè l; imaj taye mwen ak imaj fonn mwen an ki te kòmande yo.’
ISA 48:6 Ou te tande sa! Gade tout sa! Konsa, ou menm, èske ou p ap deklare li? Mwen pwoklame bagay tounèf yo a ou menm soti kounye a, tout bagay kache a ke ou pa t konnen yo.
ISA 48:7 Se koulye a yo fèt, e pa lontan sa. Avan jou sa a, ou pa t tande yo. Konsa, ou p ap di: “Gade byen, mwen te konnen yo”.
ISA 48:8 Anverite, Ou pa t konn tande yo, ni ou pa t konnen yo. Menm depi lontan, zòrèy ou pa t ouvri, paske Mwen te konnen ke ou aji nan koken. Depi nan nesans ou, se rebèl ou te ye.
ISA 48:9 Pou koz a non Mwen, M ap fè kòlè Mwen pran ti reta; pou koz lwanj Mwen, Mwen ralanti l pou ou, pou m pa koupe retire ou nèt.
ISA 48:10 Gade byen, Mwen te rafine ou, men pa tankou ajan; Mwen te fè ou pase a leprèv nan founo doulè a.
ISA 48:11 Pou koz pa M, pou pwòp koz pa Mwen, Mwen va aji; paske kòman non Mwen ka vin pwofane konsa? Glwa Mwen, Mwen p ap ka sede l bay yon lòt.
ISA 48:12 Koute Mwen, O Jacob, menm Israël ke M te rele a; Mwen se Li menm nan. Mwen se premye a. E Mwen se osi dènye a.
ISA 48:13 Anverite, men M te etabli latè, e men dwat Mwen te louvri syèl yo. Lè M rele yo, yo kanpe ansanm.
ISA 48:14 Rasanble, nou tout pou koute! Se kilès pami yo ki te deklare bagay sa yo? Sila SENYÈ a renmen; li va akonpli sa li pito sou Babylone. Men L va kont Kaldeyen yo.
ISA 48:15 Mwen menm, Mwen te pale. Anverite, Mwen te rele li. Mwen te mennen li, e Li va fè chemen li yo vin reyisi.
ISA 48:16 Vin toupre Mwen, koute sa: “Depi nan kòmansman, Mwen pa t pale an sekrè; depi tan sa te rive a, Mwen te la.” Epi koulye a Senyè BONDYE a te voye Mwen ak Lespri Li.
ISA 48:17 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a, Sila Ki Sen an Israël la: “Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi, ki mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.
ISA 48:18 Si sèlman ou te okipe kòmandman Mwen yo! Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè, e ladwati ou tankou lam lanmè yo.
ISA 48:19 Desandan nou yo t ap tankou sab e pitit ou yo tankou grenn sab. Non pa li pa ta janm vin disparèt ni detwi devan prezans Mwen.”
ISA 48:20 Ale kite Babylone! Sove ale devan Kaldeyen yo! Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa. Voye li rive jis nan dènye pwent latè. Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.”
ISA 48:21 Yo pa t swaf lè Li te mennen yo travèse dezè yo. Li te fè dlo sòti nan wòch pou yo; Li te fann wòch la e dlo te vin pete.
ISA 48:22 “Pa gen lapè pou mechan yo”, SENYÈ a di.
ISA 49:1 Koute Mwen, O lil yo e tande byen, pèp ki sòti lwen yo. SENYÈ a te rele Mwen depi nan vant; depi nan vant manman M, Li te rele M.
ISA 49:2 Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file; nan lonbraj men L, Li te kache Mwen. Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli, e Li te kache Mwen nan fouwo Li.
ISA 49:3 Li te di Mwen: “Ou se sèvitè Mwen, Israël nan sila Mwen va montre glwa Mwen an.”
ISA 49:4 Men Mwen te di: “Mwen te travay di an ven. Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite; sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a, e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.”
ISA 49:5 Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant pou m ta Sèvitè Li a: Li di pou mennen Jacob retounen kote Li a, pou Israël ta ranmase vè Li (paske mwen te resevwa lonè nan zye SENYÈ a e Bondye Mwen an se fòs Mwen),
ISA 49:6 Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, e restore retay Israël la. Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo, pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”
ISA 49:7 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an, a Sila ke lòm meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an, a Sèvitè a chèf yo: “Wa yo va wè e vin leve, Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a, Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”
ISA 49:8 Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab, ke M te reponn Ou. Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou. Mwen va kenbe Ou e bay Ou kon yon akò pou pèp la, pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo.
ISA 49:9 Pou pale a kaptif yo: ‘Vin parèt’! Epi a sila nan tenèb yo: ‘Montre tèt ou’. Akote chemen yo, yo va manje e patiraj yo va sou tout wotè vid yo.
ISA 49:10 Yo p ap grangou, ni soufri swaf, ni solèy ki brile p ap frape yo; Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va mennen yo e va gide yo rive nan sous dlo yo.
ISA 49:11 Mwen va fè tout mòn Mwen yo vin yon chemen, e gran chemen Mwen yo va vin leve wo.
ISA 49:12 Gade byen, sa yo va vini sòti lwen; epi gade, sila yo va soti nan nò ak nan lwès la, e sila yo va soti nan peyi Sinim yo.
ISA 49:13 Rele fò ak jwa, O syèl yo! Rejwi, O latè! Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo! Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.
ISA 49:14 Men Sion te di: “SENYÈ a te abandone mwen, e Senyè a te bliye mwen.”
ISA 49:15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a, pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an? Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.
ISA 49:16 Gade byen, Mwen te enskri ou nan pla men Mwen. Miray ou yo devan Mwen tout tan.
ISA 49:17 Fè pitit ou yo, fè vit. Sila k ap detwi yo e k ap devaste yo va kite ou.
ISA 49:18 “Leve zye ou e gade toupatou; yo tout rasanble ansanm pou yo vin kote ou. Kon Mwen viv la,” deklare SENYÈ a: “Ou va, anverite abiye ak yo tout, pou yo sèvi kon bijou ou, e tache yo sou ou kon yon jenn fi k ap marye.”
ISA 49:19 Nan plas dezè e dezole ou yo, nan peyi detwi nèt ou a, anverite, koulye a, ou va manke kont espas pou sila ki vivan yo, e sila ki te vale ou yo va ale byen lwen.
ISA 49:20 Pitit ke ou te pèdi yo va gen tan di nan zòrèy ou: “Plas sa a twò piti pou mwen; fè espas pou mwen pou m ka viv isit la.”
ISA 49:21 Epi ou va di nan kè ou: ‘Se kilès ki te fè sila yo pou mwen, paske mwen te pèdi pitit mwen yo, e mwen rete sèl, yon egzile e yon vwayajè? Konsa, se kilès ki te leve sila yo? Gade byen, mwen te kite sèl. Ki kote sila yo te sòti?’”
ISA 49:22 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va leve men M vè nasyon yo e Mwen va monte drapo Mwen a lòt pèp yo. Yo va mennen fis ou yo nan sen yo, e fi nou yo va pote sou zepòl yo.
ISA 49:23 Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo, e fi yo kon manman nouris. Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè, pou niche pousyè nan pye ou. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a; sila ki tann Mwen yo p ap vin wont.”
ISA 49:24 Èske piyaj la kapab rache nan men a nonm pwisan an? Oswa èske kaptif lejitim yo kapab delivre?
ISA 49:25 Anverite, konsa pale SENYÈ a: “Menm kaptif a nonm pwisan an va soti, e piyaj la va rache nan men nonm fò a; paske Mwen va batay ak sila ki batay avèk ou e Mwen va sove fis ou yo.
ISA 49:26 Mwen va fè opresè ou yo manje pwòp chè yo; yo va vin sou ak pwòp san yo tankou ak diven dous. Konsa, tout chè va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, se Sovè ou e redanmtè ou, Pwisan A Jacob la.”
ISA 50:1 Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila Mwen te voye manman ou ale a? Oswa èske Mwen te vann bay ou yo? Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo, e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.
ISA 50:2 Poukisa pa t gen moun lè M te vini an? Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn? Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte? Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun? Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen; Mwen fè rivyè yo vin dezè. Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.
ISA 50:3 Mwen abiye syèl yo ak fènwa e kouvri yo ak twal sak.”
ISA 50:4 Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo, pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige. Li fè M leve maten apre maten, Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.
ISA 50:5 SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen. Mwen pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak.
ISA 50:6 Mwen te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo, ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo; Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.
ISA 50:7 Paske Senyè BONDYE a va fè M sekou. Pou sa, Mwen pa t twouble menm. Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks. Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont.
ISA 50:8 Sila ki jistifye Mwen an toupre; se kilès ki mennen ka a kont Mwen? Kite li rale pre M.
ISA 50:9 Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou; se kilès ki kondane Mwen? Gade byen, yo tout va vin vye; epwize tankou yon vètman. Mit papiyon twal yo va manje yo.
ISA 50:10 Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, ki obeyi vwa a sèvitè Li a, ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a e depann de Bondye li a.
ISA 50:11 Gade byen, nou tout ki limen yon dife, ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo; mache nan limyè dife nou te fè a, e pami tòch yo nou te limen an. Men sa nou va jwenn nan men Mwen an: Nou va kouche pou fè lamantasyon.
ISA 51:1 “Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a, k ap chache SENYÈ a: Gade vè wòch sou sila nou te taye a, vè min wòch kote nou te retire a.
ISA 51:2 Gade vè Abraham, papa nou an ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant. Lè li te yon sèl, Mwen te rele li, Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”
ISA 51:3 Anverite, SENYÈ a te konsole Sion; Li te rekonfòte tout kote dezole li yo. Epi savann li yo te fèt sanble ak Éden, e dezè yo tankou jaden Senyè a. Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo; remèsiman ak son melodi chanson.
ISA 51:4 “Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an; paske yon lwa va sòti nan Mwen e Mwen va poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo.
ISA 51:5 Ladwati Mwen toupre a. Sali Mwen te voye deyò. Se bra M kap jije pèp yo. Peyi kot yo va tann Mwen, e bra M va jije pèp yo.
ISA 51:6 Leve zye nou vè syèl la e gade anba vè latè; paske syèl la va disparèt tankou lafimen; latè va epwize tankou yon vètman. Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri; men delivrans Mwen va la jis pou tout tan, e ladwati Mwen p ap janm sispann.
ISA 51:7 “Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati, yon pèp ki gen lalwa M nan kè yo. Pa pè repwòch a lòm, ni dekouraje lè y ap meprize nou.
ISA 51:8 Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman, e mit va manje yo tankou len. Men ladwati Mwen va jis pou tout tan, e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.”
ISA 51:9 “Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; leve tankou nan jou lansyen yo. Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, ki te frennen dragon an nèt la?
ISA 51:10 Èske se pa Ou menm ki te seche lanmè a, dlo a gran fon yo; ki te fè pwofondè lanmè yo yon chemen pou rachte yo ta ka travèse lòtbò?
ISA 51:11 Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen; vini ak gwo kri lajwa a Sion yo. Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo. Yo va jwenn kè kontan ak lajwa, e tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.
ISA 51:12 “Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?
ISA 51:13 Èske ou te bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a, ki te rale ouvri syèl yo e te poze fondasyon latè yo? Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a, pandan l ap prepare pou detwi? Men ki kote kòlè opresè sila a?
ISA 51:14 Toutalè egzile a va libere. Li p ap mouri nan kacho a, ni li p ap manke pen.
ISA 51:15 Paske Mwen se SENYÈ Bondye ou a, ki fè boulvèse lanmè a, Ki fè lanm li yo gwonde. SENYÈ dèzame yo se non Li.
ISA 51:16 Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou e te kouvri ou avèk lonbraj men Mwen, pou etabli syèl yo, fonde latè a e pou di a Sion: ‘Ou se pèp Mwen.’”
ISA 51:17 Leve ou menm! Leve ou menm! Kanpe, O Jérusalem! Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li. Gode ki pou fè ou kilbite a, ou fin bwè jis rive nan kras anba l.
ISA 51:18 Nanpwen moun ki pou gide fi a pami tout fis li te fè yo, ni nanpwen moun ki pou pran l pa lamen pami tout fis li te leve yo.
ISA 51:19 Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou— se kilès ki va kriye pou ou?— devastasyon ak destriksyon, gwo grangou, ak nepe. Kijan pou m ta konsole ou?
ISA 51:20 Fis ou yo vin endispoze; yo kouche atè sou pwent a chak ri, tankou antilòp ki kenbe nan pèlen. Yo ranpli ak kòlè SENYÈ a, ak repwòch Bondye ou a.
ISA 51:21 Pou sa, souple, koute sa, ou menm ki aflije, ki sou, men pa avèk diven:
ISA 51:22 Konsa pale Senyè ou a, SENYÈ a, menm Bondye ou, ki pran plede kòz pou pèp Li a: “Gade byen, Mwen te retire tas kilbite a, gode kòlè Mwen an soti nan men ou; ou p ap janm bwè l ankò.
ISA 51:23 M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo, ki te di nanm ou: ‘Kouche pou nou ka mache sou ou’. Ou te kouche fè do ou vin tankou tè a; tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo.”
ISA 52:1 Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion. Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an; paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo p ap antre kote ou a ankò.
ISA 52:2 Souke leve kò ou sòti nan pousyè a, O kaptif Jérusalem nan! Retire chenn sa yo nan kou ou, O fi kaptif a Sion an.
ISA 52:3 Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi e ou va rachte san vèse lajan.”
ISA 52:4 Paske konsa pale SENYÈ a: “Pèp Mwen an nan kòmansman, te desann an Égypte pou rezide la, epi Asiryen yo te oprime yo san koz.
ISA 52:5 Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a, “konsi pèp Mwen an te retire san koz?” Ankò deklare SENYÈ a: “Konsi, pèp Mwen rachte pou ryen, epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan, e non Mwen blasfeme tout lajounen,
ISA 52:6 pou sa, pèp Mwen an va konnen non Mwen. Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale. Gade byen, se Mwen!”
ISA 52:7 A la bèl sou mòn yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la, ki anonse lapè, ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan, ki anonse Sali, ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”
ISA 52:8 Gadyen ou yo leve vwa yo. Yo rele fò ak kè kontan ansanm; paske yo va wè ak pwòp zye yo lè SENYÈ a retounen nan Sion an.
ISA 52:9 Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo, paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li te rachte Jérusalem.
ISA 52:10 SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè. Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.
ISA 52:11 Sòti! Sòti! Kite kote sa a! Pa touche anyen ki pa pwòp! Sòti nan mitan li! Vin pirifye nou menm! Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.
ISA 52:12 Nou p ap kite ak gran vites, ni nou p ap kouri devan moun; paske SENYÈ a va ale devan nou e Bondye Israël la va fè gad an aryè.
ISA 52:13 Gade byen, sèvitè Mwen an va aji avèk sajès. Li va leve wo, e vin egzalte anpil.
ISA 52:14 Menm jan ke anpil moun te etone de ou— konsa aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun, e fòm li plis ke fis a lòm yo.
ISA 52:15 Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon. Wa yo va pe bouch yo pou koz Li; paske sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l, e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.
ISA 53:1 Se kilès ki te kwè mesaj nou yo? Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?
ISA 53:2 Paske Li te grandi devan nou kon yon boujon vèt, e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk. Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li, ni majeste pou nou ta gade sou Li, ni aparans pou nou ta atire a Li.
ISA 53:3 Li te meprize e abandone pa lòm; yon nonm ak gwo tristès ki te konnen gwo soufrans, ak tout maladi. Tankou yon moun de sila moun kache figi yo, Li te vin meprize, e nou pa t bay Li okenn valè.
ISA 53:4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L; men nou te rekonèt Li kon moun pini, frape pa Bondye e aflije.
ISA 53:5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo. Li te kraze pou inikite nou yo. Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li, e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.
ISA 53:6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo. Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou, men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.
ISA 53:7 Li te vin oprime e aflije; malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li. Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa, e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila k ap taye lenn li yo, konsa Li pa t ouvri bouch Li.
ISA 53:8 Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt. Selon jenerasyon Li, yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo, ke Li te kraze akoz peche a pèp Mwen yo.
ISA 53:9 Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo, men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li, malgre Li pa t fè okenn vyolans, ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.
ISA 53:10 Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.
ISA 53:11 Apre gwo doulè nanm Li an, Li va wè limyè a, e Li va satisfè. Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun akoz konesans Li anvè Li menm; e Li va pote inikite yo.
ISA 53:12 Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo. Li va divize piyaj ak moun pwisan yo, akoz Li te livre nanm Li menm a lanmò, e Li te konte avèk malfektè yo; malgre Li te pote peche a anpil moun, e te entèsede pou koupab yo.
ISA 54:1 “Chante, O esteril la! Ou menm ki pa t kapab fè pitit! Eklate nan yon gwo kri lajwa, e kriye fò, ou menm ki pa t gen doulè ansent lan! Paske fis fanm abandone an va depase fis a fanm ki marye yo”, SENYÈ a di.
ISA 54:2 “Agrandi anplasman tant ou; lonje rido lakay ou, pa ralanti! Fè kòd yo pi long e fòtifye pikèt yo.
ISA 54:3 Paske ou va gaye toupatou, ni adwat, ni agoch. Konsa, desandan ou yo va posede nasyon yo. Yo va rete ankò nan vil abandone yo.”
ISA 54:4 “Pa pè, paske ou p ap vin wont. Pa santi ou imilye, paske ou p ap desi. Ou p ap sonje wont jenès ou ak repwòch tankou vèv. Sa va bliye nèt.
ISA 54:5 Paske mari ou se Kreyatè ou a; yo rele L SENYÈ dèzame yo. Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la. Yo rele Li Bondye a tout latè a.
ISA 54:6 Paske SENYÈ a te rele ou kon yon madanm abandone e atriste nan lespri, menm kon yon madanm nan jenès li lè l abandone,” di Bondye ou.
ISA 54:7 “Pou yon ti tan kout, Mwen te kite ou; men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.
ISA 54:8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman, men ak lanmou dous ki p ap janm fini an, Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.
ISA 54:9 “Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo. Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo pa ta janm inonde latè ankò, konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou, ni ke Mwen p ap repwoche nou.
ISA 54:10 Paske mòn yo kapab deplase, e kolin yo ka disparèt, men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou. Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,” di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.
ISA 54:11 O sila ki aflije a, balote pa tanpèt la e san konsolasyon an; gade byen, Mwen va monte bijou ou ak bon kòl ki fèt pou bijou bèl koulè yo, epi fondasyon ou yo va poze ak pyè safì.
ISA 54:12 Anplis, Mwen va fè ranpa ou ak bijou ribi, pòtay nou yo ak pyè kristal, e tout miray ou yo ak pyè presye.
ISA 54:13 Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a; pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.
ISA 54:14 Nan ladwati, ou va etabli; ou va rete lwen opresyon, paske ou p ap gen lakrent. Ou p ap gen gwo laperèz, paske li p ap pwoche ou.
ISA 54:15 Si nenpòt moun atake ou, se pa kote M sa va sòti. Nenpòt moun ki atake ou va tonbe akoz ou menm.
ISA 54:16 “Gade byen, se Mwen menm ki te kreye bòs fòjewon ki pou soufle dife chabon an, e fè sòti yon zam pou travay li. Mwen te kreye destriktè a pou l ka detwi.
ISA 54:17 Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi; epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo. Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo. Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.
ISA 55:1 “Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo! Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje. Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.
ISA 55:2 Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen, ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè? Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon e pran plezi nou an abondans.
ISA 55:3 Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
ISA 55:4 Gade byen, Mwen te bay li kon yon temwen a pèp la, yon chèf ak kòmandè pou pèp la.
ISA 55:5 Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt; yon nasyon ki pa rekonèt ou va kouri bò kote ou, akoz SENYÈ Bondye ou a, ak Sila Ki Sen an Israël la; paske Li te bay ou glwa.”
ISA 55:6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve; rele Li pandan Li toupre a.
ISA 55:7 Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
ISA 55:8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w, ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.
ISA 55:9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a, konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo, e panse Mwen yo ke panse pa w yo.
ISA 55:10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la, e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a, pou fè l donnen e boujonnen, pou fè l bay semans pou kiltivatè, ak pen pou sila k ap manje a;
ISA 55:11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye. Li p ap retounen kote Mwen vid, san ke li pa akonpli sa ke M dezire a, san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.
ISA 55:12 Paske ou va sòti ak kè kontan e mennen sòti ak lapè. Mòn yo ak kolin yo va eklate nan gwo kri lajwa devan ou, e tout bwa nan chan yo va bat men yo.
ISA 55:13 Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve; olye machacha, bwa jasmen va leve. Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a, kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.
ISA 56:1 Konsa pale SENYÈ a: “Konsève sa ki jis e fè sa ki dwat, paske sali Mwen an prèt pou rive e ladwati Mwen va vin revele.
ISA 56:2 A la beni nonm ki fè sa a beni, e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm; ki pa janm derespekte Saba a, e ki anpeche men l fè mal la.”
ISA 56:3 Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di: “Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.” Ni pa kite enik lan di: “Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.
ISA 56:4 Paske konsa pale SENYÈ a: “A enik yo ki kenbe Saba Mwen yo, ki chwazi sa ki fè M plezi, e ki kenbe fèm nan akò Mwen an,
ISA 56:5 a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an; anndan miray Mwen yo, yon memoryal e yon non ki meyè a fis yo oswa fi yo. Mwen va bay yo yon non k ap dire nèt jis pou letènite, ki p ap janm disparèt.”
ISA 56:6 “Anplis, etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a, pou sèvi Li, pou renmen non a SENYÈ a, pou vin sèvitè Li, yo tout ki pa derespekte Saba a, e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;
ISA 56:7 menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an, e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an. Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an; paske kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”
ISA 56:8 Senyè BONDYE a, ki rasanble dispèse a Israël yo, deklare: “Mwen va rasanble lòt yo anvè yo, lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.”
ISA 56:9 Nou tout, bèt a chan yo, vin manje, ak tout bèt a forè yo.
ISA 56:10 Gadyen Li yo avèg. Tout nan yo san konprann. Se chen bèbè ki pa ka jape; moun k ap kouche fè rèv, ki renmen somèy.
ISA 56:11 Wi, chen yo voras. Yo pa janm jwenn ase. Se bèje yo ye san konprann. Yo tout vire tounen nan pwòp chemen pa yo, yo chak nan ranmase byen de tout katye.
ISA 56:12 “Vini”, yo di: “Annou twouve diven; annou bwè anpil bwason fò. Epi demen n ap fè menm jan ak jodi a! Plis menm!”
ISA 57:1 Moun dwat la peri, men pèsòn pa pran sa a kè. Sila ak mizerikòd vin retire, men pèsòn pa konsidere ke moun dwat la retire pou anpeche mal la rive l.
ISA 57:2 Li antre nan lapè. Chak antre nan pwòp kabann pa l; tout sila ki te mache dwat nan chemen li yo.
ISA 57:3 “Men vini isit la, nou menm fis a yon manbo, desandan a yon fanm adiltè ak yon pwostitiye.
ISA 57:4 Se kont kilès nou fè plezi a? Kont kilès nou ouvri bouch nou laj e lonje lang nou an? Se pa desandan a rebèl nou ye, ak pòtè a desepsyon?
ISA 57:5 Kap limen tèt nou pami bwadchenn yo, anba tout gwo bwa vèt, ki fè masak timoun yo nan ravin yo, anba fenèt wòch gwo falèz yo?
ISA 57:6 Pami wòch swa nan ravin nan se pòsyon pa w; pou yo menm ou te voye osò a. Menm pou yo menm, ou te vide yon ofrann bwason. Ou te fè yon ofrann sereyal. Èske M ta dwe ralanti konsènan bagay sa yo?
ISA 57:7 Sou yon gwo mòn byen wo, ou te fè kabann ou. Anplis, se la, ou te monte pou ofri sakrifis.
ISA 57:8 Dèyè pòt la ak chanbrann pòt la, ou te fè monte souvni ou; ou te ouvri ou menm a yon lòt sòf ke mwen. Konsa, ou te monte. Ou te ale fè kabann ou byen laj. Konsa ou te antann ou avèk yo. Ou te byen renmen sa ou te wè sou kabann yo.
ISA 57:9 Ou te ale kote wa a ak lwil, e ou te ogmante pafen ou yo; ou te voye mesaje ou yo rete lwen, e te degrade ou menm jis rive nan Sejou mò yo.
ISA 57:10 Ou te fatige akoz wout ou te long, men ou pa t di: ‘Nanpwen espwa.’ Ou te jwenn fòs renouvle. Ou pa t febli menm.
ISA 57:11 De kilès ou te pè e twouble a, ki fè w manti pou w pa sonje Mwen an, ni menm panse a Mwen an? Èske Mwen pa t rete an silans pou anpil tan ki fè ou pa gen lakrent Mwen an?
ISA 57:12 Mwen va deklare ladwati ou ak zèv ou yo, men yo p ap nan avantaj ou.
ISA 57:13 Lè ou vin kriye fò, kite zidòl ou yo delivre ou. Men van an va pote yo ale. Yon souf va rale yo monte. Men sila ki kache nan Mwen an va eritye peyi a. Li va posede mòn sen Mwen an.”
ISA 57:14 Li va di: “Fè l monte, fè l monte, prepare chemen an! Retire obstak la ki nan wout pèp Mwen an.”
ISA 57:15 Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.
ISA 57:16 Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan, ni se pa pou tout tan ke M ap fache a; paske lespri a ta vin fèb devan M, ak nanm a sila ke M te fè yo.
ISA 57:17 Akoz inikite gwo lanvi li, Mwen te fè kòlè, e Mwen te frape li. Mwen te kache figi Mwen; Mwen te fache. Konsa li te kontinye regrese nan wout kè l te pran an.
ISA 57:18 Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, M ap geri li; Mwen va mennen li e restore konsolasyon a li menm ak sila k ap lamante pou li.
ISA 57:19 Mwen kreye fwi a lèv yo: “Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo, ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di: “Epi Mwen va geri yo.”
ISA 57:20 Men mechan yo tankou lanmè k ap boulvèse. Li p ap ka kalme, e dlo yo rale fè monte fatra ak labou.
ISA 57:21 “Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di: “pou mechan yo”.
ISA 58:1 “Kriye fò, ni pa rete! Leve vwa ou tankou yon twonpèt! Deklare a pèp Mwen transgresyon yo, e a lakay Jacob la, peche yo.
ISA 58:2 Malgre yo chache Mwen de jou an jou e te fè gwo lanvi pou konnen chemen Mwen yo, konsi se yon nasyon ki fè ladwati, e ki pa t abandone règleman a Bondye yo. Yo mande Mwen pou fè desizyon ki jis. Yo pran plezi nan pwoksimite Bondye a.
ISA 58:3 ‘Poukisa nou fè jèn e Ou pa wè? Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’ “Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo.
ISA 58:4 Gade byen, nou fè jèn pou konfli ak kont; pou nou frape ak ponyèt mechan an. Kalite jèn nou fè la jodi a p ap fè vwa ou tande anwo a.
ISA 58:5 Èske se jèn sa a ki fè kè M kontan? Yon jou pou yon nonm ta imilye li menm? Pou bese tèt li kon wozo, e gaye twal sak ak sann kon kabann anba l? Èske se yon jèn ke ou rele sa; menm yon jou k ap akseptab a SENYÈ a?
ISA 58:6 “Se pa jèn sila a ke M pito; pou lache lyann mechanste yo, pou demare kòd jouk la, pou lese oprime yo pran libète e kase tout jouk yo?
ISA 58:7 Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo, e mennen endijan yo antre nan kay? Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l; epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?
ISA 58:8 Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten, e gerizon ou va vòltije vit devan ou. Ladwati ou va ale devan ou, e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.
ISA 58:9 Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn. Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’. “Si ou retire jouk la nan mitan nou, sispann pwente dwat sou lòt e sispann pale mechanste;
ISA 58:10 si ou vide nanm ou a sila ki grangou, e satisfè dezi a aflije a; nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa, e tristès ou va klere kon gran lajounen.
ISA 58:11 Epi SENYÈ a va gide ou tout tan, satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo, e bay fòs a zo ou yo. Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.
ISA 58:12 Sila ki pami ou yo va rebati ansyen mazi yo. Ou va fè releve ansyen fondasyon yo. Konsa yo va rele ou Sila Ki Te Repare Brèch la, Sila Ki Te Restore Lari Yo Ak Kay Yo.
ISA 58:13 “Si, nan Saba a, ou vire pye ou, pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an, e rele Saba a yon gwo plezi, epi jou sen a SENYÈ onorab, e bay li onè, olye chache chemen pa ou, olye pwòp plezi pa ou, ak pale pwòp pawòl pa w,
ISA 58:14 konsa ou va pran plezi nan SENYÈ a, e Mwen va fè ou monte sou wotè latè yo. Mwen va bay ou manje, e Mwen va ba ou eritaj a Jacob, papa ou a, paske bouch SENYÈ a pale sa a.”
ISA 59:1 Gade byen, men SENYÈ a pa tèlman kout pou l pa ka sove; ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.
ISA 59:2 Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an, e se peche nou yo ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.
ISA 59:3 Paske men nou souye ak san vèse, e dwèt nou ak inikite. Lèv nou fin pale sa ki fo, e lang nou plenyen mechanste.
ISA 59:4 Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati, ni ki fè plent ak entegrite. Yo mete konfyans nan vanite, e yo pale manti. Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.
ISA 59:5 Yo kale ze koulèv yo, e trese fil arenye yo. Sila ki manje ze yo va mouri; e nan sa ki kraze a, yon koulèv va pete vin parèt.
ISA 59:6 Fil pa yo p ap fè rad; ni zèv yo p ap ka kouvri yo. Zèv pa yo se zèv inikite, e se zak vyolans ki rete nan men yo.
ISA 59:7 Pye pa yo kouri vè mal, e yo fè vit pou vèse san inosan an. Panse pa yo se panse inikite, e destriksyon ak dega sou chemen yo.
ISA 59:8 Yo pa konnen chemen lapè, e nanpwen jistis nan yo. Yo te fè wout kwochi; nenpòt moun ki antre kote yo pa konnen lapè.
ISA 59:9 Akoz sa, lajistis rete lwen nou, e ladwati pa fin rive sou nou. Nou espere jwenn limyè pou klere nou, men nou mache nan fènwa.
ISA 59:10 Nou tatonnen akote mi an tankou moun avèg. Nou tatonnen kon sila ki pa gen zye yo. Nou kilbite a midi konsi se nan aswè. Pami sila ki plen kouraj yo, nou parèt tankou moun mouri.
ISA 59:11 Epi nou tout gwonde tankou lous, e plenyen ak tristès kon toutrèl. Nou espere lajistis, men nanpwen; pou delivrans, men li lwen nou.
ISA 59:12 Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou, e peche nou yo temwaye kont nou. Paske transgresyon nou yo rete avèk nou e nou konnen inikite nou yo:
ISA 59:13 Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a. Nou vire kite Bondye nou an, ak pawòl opresyon ak rebèl. Nan kè a, nou fòmante e fè vin parèt pawòl manti.
ISA 59:14 Lajistis vin detounen e ladwati vin kanpe byen lwen. Paske verite a fin glise tonbe nan lari e ladwati p ap ka antre.
ISA 59:15 Wi, verite a manke; epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la, fin fè pwòp tèt li yon viktim. Alò, SENYÈ a te wè e sa pa t fè plezi devan zye L, ke pa t gen jistis.
ISA 59:16 Li te wè ke pa t gen pèsòn, e te etone ke pa t gen moun ki pou entèsede. Akoz sa a, pwòp bra Li te mennen sali a rive kote Li, e ladwati Li te bay Li soutyen.
ISA 59:17 Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak, e ak kas sali a sou tèt Li. Li te mete vètman vanjans kon abiman, e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li.
ISA 59:18 Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo: jijman ak kòlè a advèsè Li yo, rekonpans a lènmi Li yo; a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite.
ISA 59:19 Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès e glwa Li soti kote solèy leve a; paske Li va vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid. Se van SENYÈ a kap pouse l.
ISA 59:20 “Yon Redanmtè va vini nan Sion, e a sila ki vire kite transgresyon Jacob yo,” deklare SENYÈ a.
ISA 59:21 “Pou Mwen menm, sa se akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”
ISA 60:1 “Leve, briye; paske limyè ou fin parèt e glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.
ISA 60:2 Paske gade byen, tenèb va kouvri latè e pwofon tenèb tout pèp yo. Men SENYÈ a va vin leve sou ou, e glwa li va parèt sou ou.
ISA 60:3 Nasyon yo va vin kote limyè ou a, e wa yo nan klète lè ou leve a.
ISA 60:4 “Leve zye ou toupatou e gade; yo tout rasanble ansanm; yo vin kote ou. Fis ou yo va vini soti lwen, e fi ou yo va pote nan bra yo.
ISA 60:5 Epi ou va wè, ou va plen ak limyè; kè ou va kontan e ou va rejwi. Paske abondans lanmè a va vire vè ou; gran richès a nasyon yo va rive kote ou.
ISA 60:6 Anpil chamo va kouvri ou, jenn chamo a Madian ak Épha yo. Tout sila soti Séba yo va vini. Yo va pote lò ak lansan, e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.
ISA 60:7 Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou. Belye a Nebajoth yo va sèvi ou; yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an, e Mwen va glorifye kay Mwen an ki plen lonè ak mayifisans.
ISA 60:8 “Se kilès sa yo ki vole tankou yon nwaj ak tankou toutrèl vè fenèt pa yo?
ISA 60:9 Anverite, peyi kot yo va tann Mwen; gwo bato Tarsis yo va vini premyèman pou mennen fis ou yo soti lwen; ajan ak lò yo avèk yo, pou non SENYÈ Bondye ou a e pou Sila Ki Sen an Israël la, akoz Li te bay ou glwa.
ISA 60:10 “Etranje yo va bati, fòtifye miray ou yo, epi wa pa yo va fè sèvis pa yo. Paske nan kòlè Mwen, Mwen te frape ou e nan gras Mwen, Mwen te fè ou mizerikòd.
ISA 60:11 Pòtay ou yo va vin louvri nèt tout tan; yo p ap fèmen ni lajounen, ni lannwit, pou yo kapab pote bay ou richès a tout nasyon yo, ak wa yo kon kaptif.
ISA 60:12 Paske nasyon ak wayòm ki p ap sèvi ou a va peri; wi, nasyon sa yo va fin detwi nèt.
ISA 60:13 “Glwa a Liban an va rive kote ou, bwa pichpen an, bwa sèd ak bwa blan pou anbeli plas sanktyè Mwen an. Mwen va fè plas pye Mwen yo vin plen glwa.
ISA 60:14 Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.
ISA 60:15 “Konsi, ou te abandone e rayi, pou pèsòn pa pase ladann, Mwen va fè ou vin plen ak majeste, yon objè lajwa de jenerasyon an jenerasyon.
ISA 60:16 Anplis, ou va souse lèt a nasyon yo, e ou va souse tete a wa yo. Konsa, ou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, se Sovè ou e Redanmtè ou, Sila Ki Pwisan a Jacob la.
ISA 60:17 Olye bwonz, Mwen va pote lò; olye fè, Mwen va pote ajan; olye bwa, Mwen va pote bwonz e olye wòch, Mwen va pote fè. Anplis, Mwen va fè lapè vin chèf ou e ladwati kon konseye ou.
ISA 60:18 Vyolans p ap tande ankò nan peyi ou, ni devastasyon oswa destriksyon anndan lizyè ou; men ou va rele miray ou yo: “Sali” e pòtay ou yo: “Lwanj”.
ISA 60:19 Ou p ap sèvi solèy la pou limyè lajounen ankò, ni klate lalin nan pou ba ou limyè; men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl e Bondye ou kon glwa ou.
ISA 60:20 Solèy ou p ap bese ankò, ni lalin nan p ap febli; paske ou va gen SENYÈ a kon limyè etènèl e jou ke ou kriye ak gwo doulè yo va fini.
ISA 60:21 Epi tout moun ou yo va dwat, Yo va posede peyi a jis pou tout tan; branch ke M te plante a, zèv a men M yo, pou M kapab resevwa glwa.
ISA 60:22 Pi piti a va devni yon gran pèp e pi piti menm nan, yon nasyon pwisan. Mwen, SENYÈ a va fè l prese rive nan lè l.”
ISA 61:1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, pou pwoklame libète a kaptif yo e delivrans a prizonye yo;
ISA 61:2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a e jou a vanjans Bondye nou an; pou konsole tout moun ak kè ki tris,
ISA 61:3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo; pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo, ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la, ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a. Konsa, yo va rele pye chenn ladwati, yon plantasyon SENYÈ a, pou Li kapab resevwa glwa.
ISA 61:4 Yo va rebati ansyen mazi yo, yo va fè leve wo sa ki te kraze depi lontan yo. Yo va repare vil ki te detwi yo, dezolasyon de anpil jenerasyon yo.
ISA 61:5 Etranje yo va kanpe pou okipe bann mouton nou yo, e pitit a etranje yo va kiltivatè tè nou, ak chan rezen nou yo.
ISA 61:6 Men nou va rele kon prèt SENYÈ a; Lèzòm va rele nou sèvitè a Bondye nou an. Nou va manje richès a nasyon yo, e nan richès pa yo, nou va vante tèt nou.
ISA 61:7 Olye de wont nou, nou va gen yon pòsyon doub; olye de imilyasyon, yo va rele ak lajwa sou pòsyon pa yo. Akoz sa, yo va posede yon pòsyon doub nan peyi yo; lajwa etènèl la va pou yo.
ISA 61:8 Paske Mwen, SENYÈ a, renmen lajistis; Mwen rayi vòl ak malfezans. Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo, e Mwen va fè yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo.
ISA 61:9 Desandan pa yo va rekonèt pami nasyon yo, e posterite yo nan mitan a tout pèp yo. Tout moun ki wè yo va rekonèt yo, akoz yo se desandan ke SENYÈ a te beni yo.
ISA 61:10 Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a; nanm mwen va rejwi anpil nan Bondye mwen an, paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo. Li te vlope m nan yon manto ladwati, tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn; e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
ISA 61:11 Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la, jaden an fè bagay ki simen ladann yo vin pete grandi, konsa Senyè BONDYE a va fè ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.
ISA 62:1 Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl, jiskaske ladwati li vin parèt tankou gran limyè e sali li tankou yon tòch k ap brile.
ISA 62:2 Nasyon yo va wè ladwati ou e tout wa yo glwa ou. Konsa, ou va rele pa yon non nouvo ke bouch SENYÈ a va bay.
ISA 62:3 Anplis, ou va yon kouwòn byen bèl nan men SENYÈ a , e yon dyadèm wayal nan men Bondye ou a.
ISA 62:4 Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”, ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”; men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: “Marye”. Paske SENYÈ a pran plezi nan ou e a Li menm, peyi ou va marye.
ISA 62:5 Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj, konsa fis ou yo va marye avèk ou; epi menm jan jennonm maryaj la ap rejwi ak jenn fi maryaj la, konsa Bondye ou a va rejwi ak ou.
ISA 62:6 Sou miray ou yo, O Jérusalem, Mwen te plase gadyen yo. Tout lajounen ak tout lannwit, yo p ap janm rete an silans. Nou menm ki raple SENYÈ a, pa pran repo pou tèt nou;
ISA 62:7 ni pa bay Li repo jiskaske Li etabli e fè Jérusalem yon lwanj sou tout tè a.
ISA 62:8 SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li e pa men pwisan Li: “Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò kon manje pou lènmi ou yo; ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf pou sila ou te depanse fòs ou a.”
ISA 62:9 Men sila ki ranmase li, se yo k ap manje li e louwe SENYÈ a. Sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakou sanktyè pa Mwen an.
ISA 62:10 Antre ladann, antre nan pòtay yo! Netwaye chemen an pou pèp la! Bati, bati chemen an! Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo.
ISA 62:11 Gade byen, SENYÈ a te pwoklame a pwent tè a: “Di a fi Sion an: ‘Men sali ou a rive! Gade byen rekonpans Li avè L e rekonpans Li devan L!’”
ISA 62:12 Konsa, yo va rele yo: “Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”. Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a, Yon Vil Ki Pa Abandone.”
ISA 63:1 Se kilès sa ki sòti Edom an, avèk vètman Botsra byen kolore a? Kilès sila a, ak abiman majeste Li, k ap mache nan grandè ak fòs li a? “Se Mwen menm ki pale nan ladwati, ki pwisan pou delivre a.”
ISA 63:2 Poukisa abiman Ou wouj e vètman Ou tankou sila k ap mache nan kivèt diven an?
ISA 63:3 “Mwen te foule nan kivèt diven an sèl, Pami pèp yo, pa t gen moun avè M. Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen, e Mwen te mache kraze yo nan kòlè Mwen an. Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwen e Mwen te tache tout vètman Mwen yo.
ISA 63:4 Paske jou vanjans lan te nan kè M; e ane racha a M yo rive.
ISA 63:5 Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede; Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen. Akoz sa pwòp bra M te pote Sali Mwen e kòlè Mwen te fè M kanpe.
ISA 63:6 Mwen te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen; Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen. Mwen te vide san lavi yo sou tè a.”
ISA 63:7 Mwen va pale de lanmou dous SENYÈ a, ak lwanj SENYÈ a. Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou, ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo, selon labondans konpasyon li, epi selon gran mizerikòd Li.
ISA 63:8 Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen, fis ki p ap aji nan manti.” Pou sa, Li te devni Sovè yo.
ISA 63:9 Nan tout afliksyon yo, Li te aflije e zanj a prezans Li an te sove yo. Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li, Li te rachte yo. Li te leve yo, e te pote yo pandan tout ansyen jou yo.
ISA 63:10 Men yo te fè rebèl e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris. Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo; Li te goumen kont yo pou kont Li.
ISA 63:11 Men konsa, Li te vin sonje ansyen jou yo ak Moïse e pèp Li. Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmè ak bèje a bann mouton Li yo? Kote Li, Sila ki te mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?”
ISA 63:12 Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la? Ki te divize dlo yo devan yo pou fè pou pwòp tèt Li yon non ki ta dire pou tout tan?
ISA 63:13 Ki te mennen yo atravè fon yo tankou cheval nan dezè a, pou yo pa chape tonbe?
ISA 63:14 Tankou bèt ki te desann nan vale yo, Lespri SENYÈ a te bay yo repo. Konsa, Ou te mennen pèp Ou a pou fè pou Ou yon non ki plen laglwa.
ISA 63:15 Gade anba depi nan syèl la e wè soti nan abitasyon sen Ou ki plen ak glwa Ou. Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo? Santiman a kè ou ak konpasyon Ou te vin anpeche de mwen.
ISA 63:16 Paske Ou se Papa nou, malgre Abraham pa rekonèt nou, ni Israël pa rekonèt nou. Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou, Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.
ISA 63:17 Poukisa, O SENYÈ, Ou fè nou egare kite chemen Ou yo? E te fè kè nou di pou nou pa gen lakrent Ou? Pou koz sèvitè Ou yo, tribi a eritaj Ou yo, retounen.
ISA 63:18 Pèp sen Ou yo te posede sanktyè Ou a pou yon ti tan; advèsè nou yo te foule li ba nèt.
ISA 63:19 Nou te vin sanble ak sila ke Ou pa t janm gouvène yo, tankou sila ki pa t rele pa non Ou yo.
ISA 64:1 O ke Ou ta chire syèl yo, ke Ou ta desann, ke mòn yo ta tranble devan prezans Ou—
ISA 64:2 tankou dife anflame touf bwa chan an, tankou dife fè dlo bouyi. Fè non Ou rekonèt a advèsè Ou yo, pou nasyon yo ka tranble devan prezans Ou!
ISA 64:3 Kon lè Ou te fè bagay mèvèy ke nou pa t prevwa yo; Ou te desann. Mòn yo te tranble devan prezans Ou.
ISA 64:4 Depi nan jou ansyen yo, yo pa t tande ni sezi ak zòrèy, ni zye pa t wè yon Bondye sof ke Ou, k ap aji pou sila k ap tann Li an.
ISA 64:5 Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan fè sa ki dwat, ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo. Gade byen, Ou te fache paske nou te peche, nou te kontinye nan peche pandan anpil tan. Èske nou va sove?
ISA 64:6 Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp. Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt; konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy, e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.
ISA 64:7 Nanpwen moun ki rele non Ou, ki leve pou atache a Ou menm; paske Ou te kache figi Ou a nou menm e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.
ISA 64:8 Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou, nou se ajil la e se Ou ki mèt kanari a; nou tout se zèv men Ou yo.
ISA 64:9 Pa vin fache depase, O SENYÈ, ni sonje inikite nou yo pou tout tan. Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a.
ISA 64:10 Vil sen Ou yo te vin yon dezè; Sion te vin yon dezè, Jérusalem yon kote dezole.
ISA 64:11 Bèl kay sen nou an, kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo, te brile ak dife; epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt.
ISA 64:12 Èske Ou va ralanti Ou menm, devan bagay sa yo, O SENYÈ? Èske Ou va rete an silans e bannou lapèn ki depase mezi a?
ISA 65:1 “Mwen te chache pa sila ki pa t mande pou Mwen yo; Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M. Mwen te di: “Men Mwen isit la! Men Mwen isit la!’ a yon nasyon ki pa t rele non Mwen.
ISA 65:2 Mwen te louvri men M tout lajounen a yon pèp rebèl, ki mache nan chemen ki pa bon, k ap swiv pwòp panse pa yo,
ISA 65:3 Yon pèp ki pwovoke M tout tan nan figi M, k ap ofri sakrifis nan jaden yo e k ap brile lansan sou brik yo;
ISA 65:4 ki chita nan mitan tonm yo e ki pase nwit lan kote kache yo; ki manje chè kochon, ak soup fèt ak sa ki pa pwòp.
ISA 65:5 Ki di: ‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen; mwen pi sen pase ou’! Sila yo se lafimen nan nen Mwen, yon dife ki brile tout lajounen.
ISA 65:6 “Gade byen, li ekri devan Mwen: Mwen p ap rete an silans, men Mwen va bay rekonpans; Mwen va rekonpanse jis rive nan lestonmak yo,
ISA 65:7 ni pou pwòp inikite pa yo ak inikite a zansèt yo ansanm”, pale SENYÈ a. “Akoz yo te brile lansan sou mòn yo e te moke M sou kolin yo; pou sa, Mwen va mezire zèv yo te fè, jis rive nan lestonmak yo.”
ISA 65:8 Konsa pale SENYÈ a; “Menm jan diven tounèf twouve nan yon grap rezen, e yon moun di, ‘pa detwi l, paske gen benefis ladann’: konsa Mwen va aji pou sèvitè ki pou Mwen yo, pou M pa detwi yo tout.
ISA 65:9 Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda. Menm chwazi pa M yo va eritye l e sèvitè Mwen yo va demere la.
ISA 65:10 Saron va yon peyi ki fè patiraj pou bann mouton yo, e vale Acor yon kote pou twoupo yo ka repoze, pou pèp Mwen ki chache Mwen an.
ISA 65:11 “Men nou menm ki abandone SENYÈ a, ki bliye mòn sen Mwen an, ki ranje yon tab pou Gran Chans, ki plen tas ak diven mele pou Desten an;
ISA 65:12 Mwen va ranje desten nou ak nepe, e nou tout va bese devan masak la. Akoz Mwen te rele nou, men nou pa t reponn; Mwen te pale, men nou pa t tande. Epi nou te fè mal devan zye M, e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.”
ISA 65:13 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, sèvitè Mwen yo va manje, men nou va rete grangou. Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè, men nou va rete swaf. Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi, men nou va twouve gwo wont.
ISA 65:14 Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan, men nou va kriye fò ak yon kè plen doulè, e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.
ISA 65:15 Ou va kite non nou kon yon malediksyon a moun chwazi pa Mwen yo, e Senyè BONDYE a va touye nou. Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.
ISA 65:16 Paske sila ki beni sou tè a, va beni pa Bondye verite a; epi sila ki sèmante nan tout tè a, va sèmante pa Bondye verite a; paske ansyen twoub yo fin bliye e paske yo kache devan zye M.”
ISA 65:17 Paske gade byen, Mwen va kreye yon syèl tounèf, ak yon tè tounèf; epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò, ni p ap menm antre nan panse.
ISA 65:18 Men fè kè kontan e rejwi nou jis pou tout tan nan sa ke M kreye yo; paske gade byen, Mwen kreye Jérusalem pou rejwisans, e pèp li a pou kè kontan.
ISA 65:19 Anplis, Mwen va rejwi de Jérusalem. Mwen va fè kè kontan nan pèp Mwen an. Epi p ap tande ankò nan li vwa kriye ak son moun k ap kriye.
ISA 65:20 “P ap genyen ladann ankò timoun ki viv sèlman kèk jou, ni granmoun ki pa fin fè tout jou li yo; paske jenn yo va mouri nan laj santan e sila ki pa rive nan laj santan yo va konsidere kon moun modi.
ISA 65:21 Yo va bati kay yo pou yo viv ladann; anplis, yo va plante chan rezen yo e manje fwi yo.
ISA 65:22 Yo p ap bati kay pou yon lòt moun rete ladann, yo p ap plante pou yon lòt moun vin manje. Paske kon lavi a yon pyebwa, se konsa jou a pèp Mwen an va ye, e moun chwazi pa M yo va gen tan rejwi nan pwòp zèv men yo.
ISA 65:23 Yo p ap travay an ven, ni fè pitit pou mizè; paske yo se desandan a sila ki beni pa SENYÈ a, e anplis, desandan yo, menm jan.
ISA 65:24 Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn; epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.
ISA 65:25 Lou ak ti mouton va manje ansanm. Lyon an va manje pay kon bèf. Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an. Yo p ap fè mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,” di SENYÈ a.
ISA 66:1 Konsa pale SENYÈ a: “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? Epi ki kote pou M ta ka repoze?
ISA 66:2 Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo; se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a. “Men, anvè sila Mwen va gade; sila ki enb ak kè ki repanti a, e ki tranble devan pawòl Mwen yo.
ISA 66:3 Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.
ISA 66:4 Konsa, Mwen va deziye pinisyon yo, e Mwen va mennen sou yo sa ke yo plis pè a. Paske Mwen te rele, men pèsòn pa t reponn; Mwen te pale, men yo pa t koute, men se mal yo te fè devan zye M, e yo te chwazi sa ki pa t fè M plezi.”
ISA 66:5 Tande pawòl SENYÈ a, nou menm ki tranble devan pawòl Li yo: “Frè nou ki rayi nou yo, ki rejte nou akoz non Mwen, Yo te di: ‘Kite SENYÈ a resevwa glwa, pou nou ka wè nou fè kè kontan.’ Men sila yo k ap wont.
ISA 66:6 Yon vwa gwo boulvèsman soti nan vil la, yon vwa soti nan tanp lan; vwa SENYÈ a k ap rann rekonpans a lènmi Li yo.
ISA 66:7 “Avan fi a gen doulè, li te anfante; avan gwo doulè a te rive li, li te fè yon gason.
ISA 66:8 Se kilès ki te tande yon koze konsa a? Kilès ki te wè yon bagay konsa? Èske yon peyi kapab fèt nan yon sèl jou? Èske yon nasyon ka vin parèt nan yon enstan? La menm Sion te vin gen doulè, li te fè fis li yo vin parèt.
ISA 66:9 Èske Mwen va rive pre pwen akouchman an, pou mwen pa livre pitit la?” pale SENYÈ a. “Oswa èske Mwen ki fè fanm akouche a, ta fèmen vant lan?” pale Bondye nou an.
ISA 66:10 “Fè kè kontan ak Jérusalem, e rejwi de li, nou tout ki renmen li yo. Fè kè kontan anpil, nou tout ki te fè kè tris pou li yo,
ISA 66:11 pou nou kapab souse e jwenn satisfaksyon nan tete li, pou nou kapab souse pou jwenn plezi nan gwo lestonmak li a.”
ISA 66:12 Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen lonje bay fi a lapè tankou yon rivyè e glwa a nasyon yo kon yon flèv k ap debòde. Nou va vin pran tete, nou va pote sou kwis e vin jwe sou jenou.
ISA 66:13 Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l, se konsa Mwen va rekonfòte nou; epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.”
ISA 66:14 Nou va wè sa; kè nou va kontan e zo nou va fleri tankou zèb vèt tounèf. Men SENYÈ a va rekonèt pa sèvitè Li yo; men Li va fè gwo kòlè kont lènmi Li yo.
ISA 66:15 Paske gade byen, SENYÈ a va vini avèk dife, e cha Li yo va tankou van toubiyon. Li va rann kòlè Li ak gwo raj e repwòch Li ak flanm dife.
ISA 66:16 Paske SENYÈ a va egzekite jijman ak dife e avèk nepe Li sou tout chè; e sila ki va touye pa nepe yo va anpil.
ISA 66:17 “Sila ki sanktifye e pirifye tèt pou ale nan jaden yo, k ap swiv moun mitan an, ki manje chè kochon, bagay abominab, ak sourit la, va sispann nèt”, deklare SENYÈ a.
ISA 66:18 “Paske Mwen konnen zèv yo ak panse yo. Lè a ap rive pou rasanble tout nasyon ak tout lang yo. Konsa, yo va vini wè glwa Mwen.
ISA 66:19 Mwen va mete yon sign pami yo e Mwen va voye bay nasyon yo sila ki chape pami yo: Tarsis, Pul, Lud, Tubal ak Javan, nan peyi kot byen lwen ki pa t janm tande afè laglwa Mwen, ni ki pa t konn wè laglwa Mwen. Epi yo va deklare glwa Mwen pami nasyon yo.
ISA 66:20 Yo va mennen tout frè nou yo soti nan tout nasyon yo kon yon ofrann sereyal a SENYÈ a. Yo va vini sou cheval, nan cha, sou kabwèt kouvri, sou milèt ak chamo pou rive sou mòn sen Mwen an, Jérusalem”, di SENYÈ a. “Jis konsa, fis Israël yo pote ofrann sereyal nan yon veso pwòp a lakay SENYÈ a.
ISA 66:21 Anplis, Mwen va pran kèk nan yo kon prèt ak Levit”, SENYÈ a di.
ISA 66:22 “Paske menm jan ke syèl tounèf la ak tè tounèf ke Mwen va fè a va dire nèt devan Mwen”, deklare SENYÈ a; “se konsa desandan nou yo ak non nou va dire nèt.
ISA 66:23 Epi li va fèt ke soti nan lalin tounèf pou rive nan lalin tounèf la, e soti nan Saba a pou rive nan Saba a, tout limanite va vin pwostène devan Mwen,” SENYÈ a di.
ISA 66:24 “Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”
JER 1:1 Pawòl a Jérémie yo, fis a Hilkija a, youn nan prèt yo ki te nan Anathoth nan peyi Benjamin.
JER 1:2 Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an.
JER 1:3 Li te anplis, vin rive nan jou Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan fen onzyèm ane Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan egzil a Jérusalem nan senkyèm mwa a.
JER 1:4 Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
JER 1:5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou, e avan ou te fèt mwen te konsakre ou. Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.
JER 1:6 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm.”
JER 1:7 Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l.
JER 1:8 Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.
JER 1:9 Epi SENYÈ a te lonje men L e te touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou.
JER 1:10 Ou wè, Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”
JER 1:11 Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Se kisa ou wè, Jérémie?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon bout branch zanmann.”
JER 1:12 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Ou te wè byen; paske Mwen ap veye sou pawòl Mwen pou pawòl Mwen vin fèt.”
JER 1:13 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa epi te di: “Se kisa ou wè”? Epi mwen te di: “Mwen wè yon chodyè k ap bouyi, k ap apiye fas li kont nò a.”
JER 1:14 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Depi nan nò a, mal la va pete vin parèt sou tout sila ki rete nan peyi a.
JER 1:15 Paske gade byen, Mwen ap rele tout fanmi a wayòm yo nan nò”, deklare SENYÈ a; “Yo va vini, e yo chak va plase twòn yo nan antre pòtay Jérusalem nan, kont tout miray antoure li yo, e kont tout vil Juda yo.
JER 1:16 Mwen va pwononse jijman Mwen sou yo pou tout mechanste yo, akòz yo te abandone Mwen, te ofri sakrifis a lòt dye yo, e te adore pwòp zèv men pa yo.
JER 1:17 “Alò, pou sa a, mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo.
JER 1:18 Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a.
JER 1:19 Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
JER 2:1 Alò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen epi te di:
JER 2:2 “Ale e pwoklame nan zòrèy a Jérusalem pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen sonje de ou, jan ou te renmen M lè ou te jenn; lanmou ou lè ou te fiyanse avè M, jan ou te swiv Mwen nan dezè a, nan yon peyi ki pa t konn simen.
JER 2:3 Israël te sen a SENYÈ, premye a rekòlt Li a. Tout moun ki te manje de li va vin koupab. Se mal ki va rive yo,’” deklare SENYÈ a.”
JER 2:4 Tande pawòl SENYÈ a, O lakay Jacob ak tout fanmi lakay Israël yo.
JER 2:5 Konsa pale SENYÈ a: “Ki enjistis papa zansèt nou yo te jwenn nan Mwen, pou yo te ale lwen Mwen, pou yo te mache dèyè sa ki vid pou te vin vid yo menm?
JER 2:6 Yo pa t mande: ‘Kote SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, ki te mennen nou nan dezè a, pou travèse yon peyi dezè ak fòs yo, nan yon peyi ak sechrès e ak fon tenèb, yon peyi ke pèsòn pa t konn travèse e kote okenn moun pa t rete?’
JER 2:7 Mwen te mennen ou antre nan yon peyi fètil pou manje fwi li ak bon bagay li yo. Men nou te vini, e nou te souye peyi Mwen an ak eritaj Mwen an, nou te fè li vin abominab.
JER 2:8 Prèt yo pa t di: ‘Kote SENYÈ a ye?’ Epi sila yo ki te responsab lalwa a pa t rekonèt Mwen. Chèf yo tou te fè transgresyon kont Mwen; pwofèt yo te pwofetize pou Baal, e te mache dèyè bagay ki pa t gen benefis.
JER 2:9 “Pou sa, jiska prezan, Mwen va fè kont avèk nou”, deklare SENYÈ a: “Menm avèk pitit a pitit nou yo, Mwen va fè kont.
JER 2:10 Alò, travèse rive nan peyi kot yo nan Kittim pou wè; voye Kédar pou obsève e wè si janmen te gen yon bagay konsa!
JER 2:11 Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo, malgre, se pa dye yo te ye? Men pèp Mwen an te fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.
JER 2:12 Menm syèl yo etone, jis yo vin fremi. Rete byen dezole, deklare SENYÈ a.
JER 2:13 Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal: Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo, epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn; sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.
JER 2:14 Èske Israël se yon esklav? Èske li se yon esklav ki te fèt lakay nou? Pou ki rezon li te devni yon kaptif?
JER 2:15 Jenn lyon yo gwonde sou li; ak gwo bri yo leve vwa yo. Yo te fin gate peyi li nèt. Vil li yo brile nèt. Pa gen moun ki pou rete ladann.
JER 2:16 Anplis, mesye Memphis ak Tachpanès yo te brize kouwòn tèt ou a.
JER 2:17 Èske Se pa ou menm ki fè sa lè ou kite SENYÈ Bondye ou a, pandan Li t ap mennen ou nan chemen an?
JER 2:18 Men koulye a, se kisa w ap fè nan wout pou rive Égypte la, lè w ale pou bwè dlo nan Rivyè Nil lan? Oswa se kisa w ap fè nan wout pou ale Assyrie a, pou bwè dlo nan flèv pa yo a?
JER 2:19 Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
JER 2:20 Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a. Mwen te chire kòd mare ou yo. Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye.
JER 2:21 Sepandan, Mwen te plante chan rezen pi chwazi pou ou, yon grenn ki fidèl nèt. Alò kòman konsa ou te vin detounen devan M pou tounen yon boujon ki dejenere nèt sou yon chan rezen etranje?
JER 2:22 Malgre se ak savon lesiv ou ta savonnen ak anpil savon, tach inikite ou rete devan M,” deklare Senyè BONDYE a.
JER 2:23 “Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal, Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’ Gade chemen ou nan vale a! Konnen byen sa ou te fè a! Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid, k ap fè chemen l kote li pito.
JER 2:24 Yon femèl bourik mawon ki abitye nan savann nan, k ap pran sant van pou lè l bezwen kwaze ak mal. Nan lè chalè li, se kilès ki ka detounen l? Tout moun k ap chache l p ap fatige kò yo; nan mwa li, yo va jwenn ak li.
JER 2:25 Kenbe bon fè sou pye ou e mouye gòj ou pou ou pa swaf; men ou te di: ‘Sa p ap ka fèt, Non! Paske mwen te fè renmen ak etranje yo; se dèyè yo m ap prale.’
JER 2:26 Tankou vòlè vin wont lè l vin dekouvri, se konsa lakay Israël vin wont— wa yo, prens yo, ak prèt yo ak pwofèt yo!
JER 2:27 kap di pyebwa a: ‘Se ou ki papa mwen’, epi a yon wòch: ‘Se ou ki fè mwen.’ Paske yo te vire do ban Mwen olye figi yo; men nan tan gwo pwoblèm yo, yo va di Mwen: ‘Leve pou sove nou.’
JER 2:28 Men kote dye ke ou te fè pou kont ou yo ye? Kite yo leve, si yo ka sove ou nan tan twoub ou yo; paske selon fòs kantite vil ou yo, kantite dye ou ye, O Juda.
JER 2:29 Poukisa ou fè kont avè M? Nou tout te fè transgresyon kont Mwen,” deklare SENYÈ a.
JER 2:30 “Anven Mwen te frape fis ou yo; men yo pa t aksepte okenn chatiman. Nepe ou te fin devore pwofèt ou yo tankou lyon k ap detwi.
JER 2:31 O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou. Nou p ap vin kote Ou ankò?’
JER 2:32 Èske vyèj la ka bliye dekorasyon li yo, oswa fi maryaj la, vètman li an? Sepandan, pèp Mwen an fin bliye Mwen pandan jou ki pa ka menm konte.
JER 2:33 A la byen ou prepare chemen ou pou chache lanmou! Konsa, menm fanm mechan yo, ou te enstwi nan chemen ou yo.
JER 2:34 Anplis, sou jip ou, yo twouve san lavi a malere ki inosan yo. Ou pa t jwenn yo t ap kase kay ou. Men se akoz tout bagay sa yo,
JER 2:35 Sepandan, ou te di: ‘Mwen inosan. Asireman, kòlè Li pa sou mwen.’ Gade byen, Mwen va antre nan jijman avèk ou, paske ou di: ‘Mwen pa t peche.’
JER 2:36 Poukisa ou mache toupatou konsa nan chanje wout ou? Anplis, Égypte va fè ou wont, menm jan ke Assyrie te fè ou wont lan.
JER 2:37 Soti kote sa a tou, ou va sòti ak men ou sou tèt; paske SENYÈ a te rejte sila ke ou te fè konfyans yo e ou p ap jwenn avantaj avèk yo.”
JER 3:1 Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.
JER 3:2 “Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou.
JER 3:3 Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont.
JER 3:4 Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’?
JER 3:5 “‘Èske Li va fache jis pou tout tan? Èske Li va ensanse ak kòlè jiska lafen?’ Gade byen, ou te pale, ou te fè bagay ki mal e ou te fè pwòp volonte ou.”
JER 3:6 Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye.
JER 3:7 Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l.
JER 3:8 Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou.
JER 3:9 Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak wòch ak pyebwa.
JER 3:10 Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a.
JER 3:11 Konsa, SENYÈ a te di m: “Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda.
JER 3:12 Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan.
JER 3:13 Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.
JER 3:14 “Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen se yon mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion.”
JER 3:15 “Konsa, Mwen va bannou bèje selon pwòp kè Mwen, ki va fè nou manje sou konesans ak bon konprann.
JER 3:16 Li va vin rive nan jou sa yo ke lè nou vin ogmante, e vin anpil nan peyi a”, deklare SENYÈ a, “yo p ap di mo ankò: ‘Lach akò SENYÈ a’. Ni sa p ap vini nan tèt yo. Yo p ap sonje li, yo p ap remake pèt li, ni li p ap refèt ankò.
JER 3:17 Nan lè sa a, yo va rele Jérusalem: ‘Twòn SENYÈ a’ e tout nasyon yo va rasanble vè li; vè Jérusalem, vè non SENYÈ a. Ni yo p ap ankò mache ak tèt di ak kè mechan yo.
JER 3:18 Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la.”
JER 3:19 “Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”
JER 3:20 “Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a.
JER 3:21 Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te bliye SENYÈ a, Bondye yo.
JER 3:22 “Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou.” “Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an.
JER 3:23 Anverite, soutyen kolin yo se yon desepsyon, yon zen sou mòn yo. Anverite, SENYÈ a, Bondye nou an, se sali Israël.
JER 3:24 Men afè wont sa a te manje fòs zèv zansèt nou yo depi nan jenès nou. Li te manje bann mouton yo ak twoupo yo, fis ak fi yo.
JER 3:25 Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvri nou. Paske nou te peche kont Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.
JER 4:1 “Si ou va retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase.
JER 4:2 Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”
JER 4:3 Paske se konsa SENYÈ a pale a mesye a Juda ak Jérusalem yo: “Kraze e prepare tè ki poze a; pa simen pami pikan yo.
JER 4:4 Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepis kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo.
JER 4:5 Deklare nan Juda e pwoklame nan Jérusalem, pou di: ‘Soufle twonpèt nan peyi a!’ Kriye fò! Di yo: ‘Rasanble nou pou nou antre nan vil fòtifye yo.’
JER 4:6 Leve yon drapo vè Sion! Chache sekou! Pa kanpe anplas, paske Mwen ap mennen malè sòti nan nò, ak gwo destriksyon.”
JER 4:7 Yon lyon ale soti nan rak bwa li; yon destriktè a nasyon yo gen tan derape. Li fin kite plas li pou fè peyi ou a vin yon savann. Vil ou yo va pil mazi ki san moun pou rete ladan yo.
JER 4:8 Pou sa, abiye an twal sak! Rele fò! Kriye anmwey! Paske gwo kòlè SENYÈ a pa t kite nou.
JER 4:9 “Li va vin rive nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “ke kè a wa a ak kè prens yo va fè fayit. Prèt yo va sezi e pwofèt yo va etone.”
JER 4:10 Nan lè sa a, mwen te di: “O, Senyè BONDYE! Asireman ou te pase pèp sa nan rizib nèt lè Ou te di: ‘Ou va gen lapè’. Men alò, yon nepe parèt sou gòj yo.”
JER 4:11 Nan lè sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: “Yon van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen an—— li pa pou vannen ni pou netwaye.
JER 4:12 Yon van fò depase sa a——va vini sou lòd Mwen. Alò, anplis Mwen va pwononse jijman kont yo.”
JER 4:13 Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt!
JER 4:14 Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?
JER 4:15 Paske yon vwa deklare soti Dan e pwoklame mechanste soti mòn Éphraïm.
JER 4:16 “Livre rapò li bay nasyon yo koulye a! Pwoklame sou Jérusalem, ‘Moun syèj yo sòti nan yon peyi lwen! Yo leve vwa yo kont vil Juda yo.
JER 4:17 Tankou gadyen k ap veye yon chan an, yo kont li toupatou, akoz li te fè rebèl kont Mwen’”, deklare SENYÈ a.
JER 4:18 “Chemen pa ou yo ak zèv pa ou yo te mennen fè bagay sa yo rive ou. Sa se mal ou. Li amè anpil! A la sa rive jis nan kè ou!”
JER 4:19 Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a.
JER 4:20 Dega sou dega vin pwoklame, paske tout peyi a fin detwi nèt. Sibitman, tant mwen yo vin devaste; rido mwen yo vin devaste nan yon moman.
JER 4:21 Pou konbyen de tan mwen va oblije wè drapo a, e koute son twonpèt la?
JER 4:22 “Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”
JER 4:23 Mwen te gade sou tè a e, gade byen, li te san fòm e vid; vè syèl yo men yo pa t gen limyè.
JER 4:24 Mwen te gade vè mòn yo, e gade byen, yo t ap souke; tout kolin yo te fè mouvman ale retou.
JER 4:25 Mwen te gade, e gade byen, pa t gen moun, e tout zwazo syèl yo te vin sove ale.
JER 4:26 Mwen te gade e gade byen, bon peyi fètil la te vin yon dezè, e tout vil li yo te fin demoli devan SENYÈ a, devan gwo kòlè Li.
JER 4:27 Paske konsa pale SENYÈ a: “Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt.
JER 4:28 Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”
JER 4:29 Ak bri chevalye a, ak mèt banza yo, tout vil yo vin sove ale. Yo antre nan gran rak bwa, e yo monte sou wòch yo. Tout vil yo vin abandone e nanpwen pèsòn ki rete ladan yo.
JER 4:30 Ou menm, O sila ki dezole a, se kisa ou va fè? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore kò ou ak dekorasyon an lò, malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou fè kò ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou.
JER 4:31 Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap fè premye pitit, kri fi a Sion an, k ap soufle fò, lonje men l e rele, “Anmwey! Mwen pèdi kouraj nèt devan asasen yo.”
JER 5:1 “Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen note. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem.
JER 5:2 E poutan, yo di: ‘Tankou SENYÈ a viv la’! Anverite y ap fè fo temwayaj.”
JER 5:3 O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t santi doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.
JER 5:4 Alò, mwen te di: “Se sèlman malere ke yo ye. Se ensanse yo ye; yo pa konnen chemen SENYÈ a, ni règleman a Bondye yo.
JER 5:5 Mwen va ale kote moun pwa yo. Se ak yo ke mwen va pale, paske yo menm konnen chemen SENYÈ a, ak règleman a Bondye yo.” Men yo menm tou, ak volonte ansanm te kraze jouk la, e chire tout kòd yo.
JER 5:6 Akoz sa, yon lyon ki sòti nan forè va touye yo. Yon lou dezè a va detwi yo, yon leyopa ap veye vil yo. Tout moun ki sòti kote yo va chire an mòso, akoz transgresyon yo anpil, enfidelite yo bokou.
JER 5:7 Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a.
JER 5:8 Yo te tankou gwo cheval kò dyanm, byen nouri, yo chak t ap ranni dèyè madanm vwazen yo.
JER 5:9 “Èske Mwen pa dwe pini pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen pa dwe pran vanjans?
JER 5:10 “Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt. Rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye.
JER 5:11 Paske lakay Israël ak lakay Juda te fè M trèt anpil”, deklare SENYÈ a.
JER 5:12 Yo te manti sou SENYÈ a, pou di: “Li pa la; malè p ap rive nou e nou p ap wè nepe ni gwo grangou.
JER 5:13 Pwofèt yo se tankou van, e pawòl la pa nan yo. Se konsa, li va rive yo!”
JER 5:14 Pou sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo: “Akoz nou te pale pawòl sa a, gade byen, Mwen ap fè pawòl Mwen nan bouch ou vin dife, pèp sa a vin bwa a, e li va manje yo nèt.
JER 5:15 Gade byen, M ap fè parèt yon nasyon kont nou soti byen lwen, O lakay Israël,” deklare SENYÈ a. “Li se yon nasyon ki dire anpil, yon nasyon depi nan tan lansyen yo, yon nasyon ak yon lang ou pa konnen, ni ou p ap ka konprann sa y ap di.
JER 5:16 Fouwo pa yo se kon yon tonm tou louvri; yo tout se gèrye vanyan.
JER 5:17 Yo va devore rekòlt ou ak manje ou. Yo va devore fis ou yo ak fi ou yo. Yo va devore bann mouton ou yo ak twoupo ou yo. Yo va devore chan rezen ou yo ak figye etranje ou yo. Yo va kraze ak nepe, tout vil fòtifye ou yo, kote ou te konn mete konfyans ou.”
JER 5:18 “Malgre, menm nan jou sa yo”, deklare SENYÈ a, “Mwen p ap fin detwi nou nèt.
JER 5:19 Li va vin rive ke lè yo di: ‘Poukisa SENYÈ Bondye nou an te fè nou tout bagay sa yo?’ ke ou va di yo: ‘Jan nou te abandone M nan pou te sèvi dye etranje nan peyi nou; alò, se konsa nou va sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou.’
JER 5:20 “Deklare sa a nan kay Jacob la e pwoklame li nan Juda, pou di:
JER 5:21 ‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande.
JER 5:22 Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’
JER 5:23 “Men pèp sa a gen kè rebèl ak kè ki di; yo te vire sou kote e yo te ale.
JER 5:24 Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’
JER 5:25 “Inikite nou yo fin detounen bagay sa yo, e peche nou yo te retire tout sa ki bon pou nou.
JER 5:26 Paske moun mechan twouve yo pami pèp Mwen an. Y ap veye tankou moun k ap pran bèt nan pèlen. Yo ranje pèlen an. Se moun yo pran.
JER 5:27 Kon yon kalòj plen zwazo, se konsa lakay yo plen desepsyon. Akoz sa, yo te vin moun byen enpòtan ak anpil byen.
JER 5:28 Yo fin gra. Kò yo plen ak grès e yo vin reyisi depase ak zèv fèt ak mechanste yo. Yo pa plede koz òfelen an, pou yo ta reyisi; ni yo pa defann dwa malere yo.
JER 5:29 “Èske Mwen p ap pini pèp sa a?” deklare SENYÈ a, “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans Mwen?
JER 5:30 “Yon bagay degoutan e etonan te rive nan peyi a:
JER 5:31 Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?
JER 6:1 “Pran flit pou sove, O fis a Benjamin yo! Sòti nan mitan Jérusalem! Soufle yon twonpèt Tekoa e leve sinyal la sou Beth-Hakkérem, paske malè ap veye nou soti nan nò, yon gwo destriksyon.
JER 6:2 Sila ki bèl e delika a, fi a Sion an, Mwen va koupe retire l nèt.
JER 6:3 Bèje yo ak bann mouton pa yo va vin kote li. Yo va monte tant yo antoure li, e yo chak va fè pak bèt yo nan plas yo.
JER 6:4 “Prepare lagè kont li! Leve! Annou atake a midi. Malè a nou menm, paske joune a ap vin bese, paske lonbraj lannwit yo ap vin pi long!
JER 6:5 Leve e annou atake pandan nwit lan pou detwi palè li yo!”
JER 6:6 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo; “Koupe pyebwa li yo, e fè monte yon ran syèj kont Jérusalem. Se vil ki dwe pini an, vil ki plen opresyon an.
JER 6:7 Kon yon pwi kenbe dlo li fre, se konsa li rafrechi mechanste li. Vyolans ak destriksyon vin tande nan li. Maladi ak blesi devan M tout tan.
JER 6:8 Se pou ou vin avèti, O Jérusalem, pou M pa vin about ak ou, pou vin fè ou dezole, yon peyi ki san moun.”
JER 6:9 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Yo va fè yon rekòlt nèt, tankou chan rezen retay Israël la. Repase men ou ankò sou branch yo konsi se dènye ranmase rezen yo.”
JER 6:10 Se a kilès pou m ta pale e bay avètisman pou yo ka tande? Gade byen, zòrèy yo bouche e yo p ap ka koute. Gade byen, pawòl SENYÈ a vin sèvi kon repwòch pou yo. Yo pa twouve okenn plezi ladann.
JER 6:11 Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan. “Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble; paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran, menm sa ki nan laj ak granmoun.
JER 6:12 Lakay pa yo va bay a lòt moun, chan yo ak madanm yo ansanm; paske M ap lonje men M kont tout sila ki rete nan peyi yo,” deklare SENYÈ a.
JER 6:13 Paske soti nan pi piti pami yo jis rive nan pi gran yo; yo tout se voras dèyè richès. Soti nan pwofèt la, jis rive nan prèt la. Tout se malonèt.
JER 6:14 Yo te geri gwo blese pèp Mwen an ak pansman lejè. Y ap di: “Lapè, lapè”, men nanpwen lapè.
JER 6:15 Èske yo te vin wont akoz bagay abominab yo te fè? Yo pa t wont menm. Yo pa t menm konnen kijan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila ki tonbe yo. Nan lè ke Mwen fè vizit ak yo, yo va vin jete anba”, di SENYÈ a.
JER 6:16 Konsa pale SENYÈ a: “Kanpe akote chemen yo e gade. Mande pou ansyen wout yo, ‘Kote bon chemen an ye?’ Mache ladann l. Konsa, nou va jwenn repo pou nanm nou.” Men yo te di: ‘Nou p ap mache ladann’.
JER 6:17 Mwen te mete gadyen yo sou nou. Mwen te di: ‘Koute son a twonpèt la!’ Men yo te di: ‘Nou p ap koute.’
JER 6:18 Pou sa, tande, O nasyon yo e konnen, O asanble a, sa ki pami yo.
JER 6:19 Koute, O latè! Gade byen, Mwen ap mennen gwo dega sou pèp sa a; menm fwi a panse pa yo, akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo, e selon lalwa Mwen an, yo te rejte li.
JER 6:20 Paske kisa sa sèvi, lansan an ki rive kote Mwen sòti Séba, ak kann dous soti nan yon peyi lwen? Ofrann brile nou yo pa fè M plezi.”
JER 6:21 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap poze blòk k ap fè pèp sa a bite. Yo va bite kont yo. Papa yo ak fis yo va bite ansanm. Vwazen ak zanmi li va peri.”
JER 6:22 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, yon pèp ap sòti nan peyi nò, yon gwo nasyon va leve soti nan ekstremite latè byen lwen.
JER 6:23 Yo kenbe rèd ak banza ak lans. Yo mechan anpil e yo pa gen mizerikòd menm. Vwa pa yo fè raj tankou lanmè, e yo monte sou cheval yo, byen alinyen kon yon sèl moun pou batay kont ou, O fi Sion an!”
JER 6:24 Nou konn tande rapò sa a. Men nou yo vin lage nèt. Gwo doulè fin sezi nou tankou doulè a yon fanm k ap akouche.
JER 6:25 Pa antre nan chan an, ni pa mache sou wout la, paske nepe lènmi a ak gwo laperèz sou tout kote.
JER 6:26 O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.
JER 6:27 “Mwen te fè ou eseye la pou sonde metal pami pèp Mwen an, pou ou ka sonde e konnen chemen yo.
JER 6:28 Yo tout fè rebèl ak tèt di. Y ap mache toupotou bay move rapò a lòt. Se bwonz ak fè yo ye; yo tout konwonpi.
JER 6:29 Ponp fòj la soufle fò. Plon an manje nèt nan dife a. Anven, yo rafine toujou, men mechan yo pa janm vin separe.
JER 6:30 Moun va rele yo ajan rejte, akoz SENYÈ a te rejte yo.”
JER 7:1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di:
JER 7:2 “Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’”
JER 7:3 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e Mwen va kite nou rete nan plas sa a.
JER 7:4 Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: ‘Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.’
JER 7:5 Paske si, anverite, nou korije chemen nou yo, ak zèv nou yo; si, anverite, nou pratike jistis antre yon nonm ak vwazen li,
JER 7:6 si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou,
JER 7:7 alò, Mwen va kite nou rete nan plas sa a, nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo jis pou tout tan.
JER 7:8 Gade byen, nou ap mete konfyans nan pawòl riz yo. Yo p ap ka fè anyen pou nou.
JER 7:9 Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè lòt dye ke nou pa t konnen,
JER 7:10 epi konsa,vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo?
JER 7:11 Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.
JER 7:12 “Men ale koulye a kote plas Mwen an Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou wè sa M te fè li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la.
JER 7:13 Konsa, akoz nou te fè tout bagay sa yo,” deklare SENYÈ a: “akoz Mwen te pale ak nou, lè M te leve bonè pou nou te pale, men nou pa t tande. Mwen te rele nou, men nou pa t reponn.
JER 7:14 Akoz sa a, Mwen va fè rive nan kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a.
JER 7:15 Mwen va jete nou deyò pou zye m pa wè nou, tankou Mwen te jete tout frè nou yo deyò, tout desandan Éphraïm yo.
JER 7:16 “Pou ou menm, pa priye pou pèp sila a. Pa leve yon kri pou yo, ni entèsede avè M, paske Mwen pa tande ou.
JER 7:17 Èske ou pa wè ki sa y ap fè nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo?
JER 7:18 Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka vekse M.
JER 7:19 Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. “Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?”
JER 7:20 Pou sa, pale Senyè BONDYE a, “Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi tè yo. Li va brile, e li p ap ka etenn.”
JER 7:21 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Ajoute ofrann nou yo sou sakrifis nou yo e manje chè.
JER 7:22 Paske Mwen pa t pale ak papa zansèt nou yo, ni kòmande yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, pou ofrann brile, ni pou sakrifis.
JER 7:23 Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’
JER 7:24 Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy vè Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a kè mechan yo, e yo te fè an aryè olye yo fè devan.
JER 7:25 Depi nan jou ke papa zansèt nou yo te sòti nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sila a, Mwen te voye bannou tout sèvitè Mwen yo ak pwofèt yo. Chak jou Mwen te leve granmmaten pou voye yo.
JER 7:26 Sepandan, yo pa t koute Mwen, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di. Yo te fè plis mal pase papa yo.
JER 7:27 “Ou va pale tout pawòl sa yo avèk yo, men yo p ap koute ou. Ou va rele kote yo, men yo p ap reponn ou.
JER 7:28 Ou va di yo: ‘Sa se nasyon ki pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo.
JER 7:29 Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’
JER 7:30 “Paske fis a Juda yo te fè mal nan zye M,” deklare SENYÈ a. “Yo te mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non Mwen an, pou souye li.
JER 7:31 Yo te bati wo plas la nan Topheth, ki nan vale a fis a Hinnom an, pou brile fis ak fi pa yo nan dife, ke M pa t kòmande, ni sa pa t rive nan tèt Mwen.
JER 7:32 Pou sa, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè li p ap rele Topheth ankò, ni vale a fis a Hinnom an, men vale a masak la; paske yo va fè antèman Topheth, jis pa gen plas pou antere ankò.
JER 7:33 Kadav mouri a pèp sila yo va fè manje pou zwazo syèl yo ak pou bèt latè yo. Epi nanpwen moun k ap chase yo ale.
JER 7:34 Nan moman sa a, Mwen va fè sispann soti nan vil a Juda yo ak lari a Jérusalem yo, vwa a kè kontan ak vwa a jennonm k ap marye a, ak fi maryaj la; paske peyi a va devaste nèt.”
JER 8:1 “Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “yo va mennen fè vin parèt zo a wa a Juda yo, ak zo a prens pa yo, zo a prèt yo ak zo a pwofèt yo, e zo a pèp Jérusalem yo soti nan tonm pa yo.
JER 8:2 Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.
JER 8:3 Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.
JER 8:4 “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, “‘Èske moun konn tonbe pou l pa leve ankò? Èske moun konn vire kite pou l pa retounen
JER 8:5 Poukisa pèp sa a, Jérusalem, te vire akote nan enfidelite san rete a? Yo kenbe rèd a desepsyon. Yo refize retounen.
JER 8:6 Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat; okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di: ‘Kisa mwen te fè la a?’ Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo, tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.
JER 8:7 Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li. Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo; men pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.
JER 8:8 “‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’, epi lalwa SENYÈ a avèk nou?” Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.
JER 8:9 Mesye saj yo vin wont, yo vin deranje e sezi. Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ a. Ki kalite sajès k ap rete nan yo?
JER 8:10 Akoz sa, Mwen va bay madanm pa yo a lòt moun, ak chan pa yo a lòt moun k ap okipe yo. Paske soti nan pi piti a jis rive nan pi gran an, yo tout lanvi gen sa ki pou lòt. Soti nan pwofèt la jis rive nan prèt la, tout aji ak desepsyon.
JER 8:11 Yo fè gerizon pèp Mwen an ak pansman lejè. Y ap di: “Lapè, lapè,” men nanpwen lapè.
JER 8:12 Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo. Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.
JER 8:13 “‘Anverite, Mwen va detwi yo nèt, “deklare SENYÈ a. P ap gen rezen sou chan rezen an, ni fig sou pye figye etranje a. Fèy yo va fennen, epi sa ke M te bay yo va disparèt.’”
JER 8:14 “Poukisa nou chita an plas? Rasanble nou! Annou antre nan vil fòtifye yo, epi la, annou rete an silans; paske SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou tonbe an silans. Li te bannou dlo anpwazone pou nou bwè, paske nou te peche kont SENYÈ a.
JER 8:15 Nou te tann lapè, men anyen bon pa t vini; yon tan gerizon, men gade byen, gwo laperèz.
JER 8:16 Soti nan Dan te tande gwo souf cheval. Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke; paske yo te vini devore peyi a ak tout sa ki ladann, vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.
JER 8:17 “Paske gade byen, Mwen ap voye sèpan yo kont nou, vipè yo ki p ap ka chame; e yo va mòde nou,” deklare SENYÈ a.
JER 8:18 Tristès Mwen depase gerizon; kè M fennen anndan m!
JER 8:19 Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an soti nan yon peyi byen lwen: “Èske SENYÈ a pa nan Sion? Èske wa li a pa nan li?” “Poukisa yo pwovoke fache Mwen ak imaj taye yo; ak zidòl etranje yo?”
JER 8:20 “Rekòlt la fin pase. Gran sezon an fini, e nou poko sove.”
JER 8:21 Akoz fi a pèp mwen an brize, mwen menm brize tou; mwen fè dèy konsi pou yon mò. Mwen kraze ba nèt.
JER 8:22 Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad? Èske nanpwen doktè la? Alò poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?
JER 9:1 O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!
JER 9:2 O ke m ta gen nan dezè a, yon plas pou moun k ap vwayaje rete, pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an. Pou m kite yo nèt! Paske yo tout se adiltè, yon bann moun trèt.
JER 9:3 “Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip. Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a. Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt, e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
JER 9:4 “Fòk chak byen veye kont vwazen li, pou l pa mete konfyans nan okenn frè; akoz tout frè yo aji nan koken, e tout vwazen yo ap voye kout lang.
JER 9:5 Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib. Yo refize pale verite. Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti; yo vin fatige nèt nan fè inikite.
JER 9:6 Abitasyon ou se nan mitan desepsyon. Nan desepsyon yo refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
JER 9:7 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv; paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?
JER 9:8 Lang pa yo se yon flèch mòtèl; li pale manti. Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li, men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.
JER 9:9 Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a. “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?
JER 9:10 Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri ak dèy pou patiraj dezè a, gwo plent, akoz yo vin brile nèt, jiskaske pèsòn pa pase ladann. Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò; ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale; yo ale nèt.
JER 9:11 “Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi, yon kote abandone pou chen mawon. Mwen va fè vil Juda yo yon kote ki kraze nèt, san pèsòn pou rete ladann.”
JER 9:12 Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?
JER 9:13 SENYÈ a di: “Akoz yo te abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li,
JER 9:14 men te mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.”
JER 9:15 Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè.
JER 9:16 Mwen va gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”
JER 9:17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere e rele fanm pou fè dèy, pou yo ka vini. Voye fanm enstwi sa yo, pou yo ka vini!
JER 9:18 Kite yo fè vit pran rele anmwey pou nou, pou zye nou ka vide dlo e pòpyè zye nou ka fè dlo kouri desann.
JER 9:19 Paske vwa ki rele anmwey la tande soti nan Sion: ‘A la detwi nou vin detwi nèt! Nou te vin mete nan gwo wont, paske nou te kite peyi la, akoz yo te kraze tout lakay nou yo.’”
JER 9:20 Alò tande byen pawòl SENYÈ a, O fanm yo. Kite zòrèy nou resevwa pawòl bouch Li. Montre fi nou yo jan pou yo fè dèy. Chak moun montre vwazen li yon chan lamante.
JER 9:21 Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari.
JER 9:22 Pale, “Konsa di SENYÈ a, “‘Kadav moun yo va tonbe tankou fimye bèt nan chan, tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la. Pèsòn p ap ranmase yo.’”
JER 9:23 Konsa pale SENYÈ a: “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li. Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li, ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
JER 9:24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa; ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen, ke Mwen se SENYÈ a, ki aji nan lanmou dous, jistis, ak ladwati sou latè a; paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
JER 9:25 Gade byen, gen jou k ap vini, “deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo pa sikonsi—
JER 9:26 Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se ensikonsi nan kè.”
JER 10:1 Tande pawòl la ke SENYÈ a ap pale ak ou, O lakay Israël.
JER 10:2 Konsa pale SENYÈ a: “Pa aprann abitid a nasyon yo, ni pa vin krent sign nan syèl yo, malgre nasyon yo krent yo anpil.
JER 10:3 Paske abitid a pèp yo se afè twonpe moun; konsi se bwa ki koupe nan forè, zèv men atizan ki koupe ak zouti.
JER 10:4 Yo dekore l ak ajan ak lò; yo tache li ak klou ak mato, pou l pa deplase.
JER 10:5 Yo tankou yon bwa palmis ki fòme pa men moun, men yo pa ka pale. Fòk yo pote yo, paske yo pa ka mache! Pa krent yo; paske yo p ap ka fè okenn mal, ni yo p ap ka fè anyen ki bon.”
JER 10:6 Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ. Ou gran! Gran se non Ou an pwisans!
JER 10:7 Se kilès ki pa ta krent Ou, O Wa a nasyon yo? Anverite, se sa Ou merite! Paske pami tout moun saj nan nasyon yo, ak nan tout wayòm yo, nanpwen okenn tankou Ou.
JER 10:8 Men yo tout ansanm se ensanse e plen ak foli; enstwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!
JER 10:9 Ajan byen bat pote soti Tarsis ak lò ki sòti Uphaz, travay a yon atizan e men a yon òfèv. Vètman yo an vyolèt e mov; tout se zèv a ouvriye byen fò.
JER 10:10 Men SENYÈ a se vrè Bondye a; Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la. Devan kòlè Li, tout latè tranble e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.
JER 10:11 Konsa ou va di yo: “dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”
JER 10:12 Bondye te fè tè a pa pouvwa Li. Li te etabli lemonn ak sajès Li; ak konprann Li, Li te etann syèl yo.
JER 10:13 Lè Li fè vwa L sone, dlo yo mele nan syèl yo. Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a. Li fè loray pou lapli, e Li fè van sòti nan depo Li yo.
JER 10:14 Tout moun se ensanse, san konesans. Tout òfèv yo vin wont akoz zidòl li; paske imaj fonn li se desepsyon. Nanpwen souf nan yo.
JER 10:15 Yo san valè, yon zèv k ap twonpe. Nan lè règleman pa yo, yo va peri.
JER 10:16 Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa; paske Kreyatè a tout bagay se Li menm; e Israël se tribi eritaj Li. SENYÈ dèzame yo se non Li.
JER 10:17 Leve pakèt ou atè a, nou menm ki anba syèj!
JER 10:18 Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, M ap voye pèp peyi sa a deyò nan moman sa a. Mwen va fè yo pase anpil doulè, jis yo byen santi li.”
JER 10:19 Malè a mwen, akoz blesi m nan! Blesi m nan byen grav. Men mwen te di: “Anverite, sa se gwo doulè m; fòk mwen pote l.”
JER 10:20 Tant mwen an fin detwi. Tout kòd mwen yo fin chire. Fis mwen yo te kite mwen. Yo pa la ankò. Nanpwen moun ki pou laji tant mwen an ankò, ni pou monte rido mwen yo.
JER 10:21 Paske bèje yo vin tankou bèt ensanse; yo pa t chache SENYÈ a. Akoz sa, yo pa reyisi; tout bann mouton yo fin gaye.
JER 10:22 Bri rapò a rive! Gade byen, l ap vini— yon gwo zen k ap sòti nan peyi nò a! K ap fè vil a Juda yo vin yon dezolasyon, yon andwa pou chen mawon.
JER 10:23 Mwen konnen, O SENYÈ, ke chemen a yon nonm pa nan li menm, ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li.
JER 10:24 Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis; pa nan kòlè Ou, sinon Ou va fè m vin pa anyen menm.
JER 10:25 Vide gwo kòlè Ou a sou nasyon ki pa konnen Ou yo ak sou fanmi ki pa rekonèt non Ou yo; paske yo te devore Jacob. Yo te devore li, manje l nèt e te devaste tout abitasyon li an.
JER 11:1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, t ap di:
JER 11:2 “Koute pawòl akò sila a e pale avèk mesye Juda yo ak sila ki rete Jérusalem yo.
JER 11:3 Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Modi se nonm ki pa okipe pawòl akò sila a,
JER 11:4 ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan founo fè a, lè M te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou. Konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’
JER 11:5 pou m ka etabli sèman ke M te fè ak papa zansèt nou yo, pou bay yo yon peyi k ap koule ak lèt, ak siwo myèl, jan li ye nan jou sa a.”’” Mwen te reponn: “Amen O SENYÈ”.
JER 11:6 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Pwoklame tout pawòl sa yo nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo, pou di: ‘Tande pawòl akò sa a pou fè yo.
JER 11:7 ‘Paske Mwen te avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, Mwen t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”.
JER 11:8 Malgre sa, yo pa t obeyi, ni panche zòrèy yo vè Mwen. Men yo te mache chak selon tèt di a kè mechan yo. Akoz sa, Mwen te mennen sou yo tout pawòl akò sila a, ke M te kòmande pou yo fè, men yo pa t fè yo.’”
JER 11:9 Konsa, SENYÈ a te di m: “Gen yon konplo vin k ap fèt pami mesye Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo.
JER 11:10 Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.”
JER 11:11 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo.
JER 11:12 Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va ale kriye a lòt dye kote yo brile lansan an; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo.
JER 11:13 Paske dye nou yo menm kantite ak vil nou yo, O Juda; epi menm kantite ak lari Jérusalem yo se lotèl kote nou te plase gwo wont sa yo, menm pou brile lansan bay Baal yo.
JER 11:14 “Akoz sa, pa priye pou pèp sa a. Ni pa leve gwo kri oswa fè lapriyè pou yo; paske Mwen p ap koute yo lè yo rele Mwen akoz gwo dezas yo.
JER 11:15 Ki dwa byeneme Mwen an genyen lakay Mwen an konsi li fin fè zak lèd ak anpil gason, epi chè sen an fin kite ou? Lè ou te fè mal sa a, konsa, ou te rejwi.”
JER 11:16 SENYÈ a te bay ou non: “Bwa doliv, byen bèl ak anpil fwi”. Ak gwo bri, li te limen dife sou non sa a, e branch li yo te kase.
JER 11:17 SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.
JER 11:18 Anplis, SENYÈ a te fè m konprann, e mwen te konnen li. Konsa, Ou te montre m zak yo.
JER 11:19 Men mwen te tankou yon jenn mouton dou k ap mennen labatwa. Mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; Ke yo t ap di, “Annou detwi bwa a ak fwi li. Annou koupe l nèt soti nan peyi vivan yo, pou non li pa sonje ankò.”
JER 11:20 Men O SENYÈ dèzame yo, ki fè jijman ki dwat yo, ki sonde santiman ak kè yo, kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske se Ou menm, mwen te fè konnen koz mwen an.
JER 11:21 Akoz sa, SENYÈ a pale selon mesye Anathoth yo, k ap chache lavi ou, k ap di: “Pa pwofetize nan non SENYÈ a, pou ou pa mouri nan men nou”—
JER 11:22 Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou.
JER 11:23 Menm yon retay p ap rete pou yo. Paske Mwen ap mennen yon dezas sou mesye Anathoth yo, jis li rive ane règleman pa yo.”
JER 12:1 Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ, lè m plede ka m avèk Ou. Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou. Poukisa chemen mechan an byen reyisi konsa? Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?
JER 12:2 Ou te plante yo. Wi, konsa yo fin pran rasin. Yo grandi. Wi, yo fè fwi. Ou toupre nan lèv yo, men lespri yo lwen W.
JER 12:3 Men Ou konnen mwen, O SENYÈ. Ou wè mwen. Ou fè egzamen pou wè kè m vè Ou menm. Rale yo akote, tankou mouton k ap prale labatwa; mete yo apa pou jou gwo masak la.
JER 12:4 Depi kilè peyi a va gen dèy konsa, e vèdi chan an vin sèch konsa? Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo, ni bèt ni zwazo detwi nèt; akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”
JER 12:5 Si ou te kouri ak moun apye yo, e yo fè ou bouke, kijan ou ka fè kous ak cheval? Malgre, nan yon peyi lapè, ou gen sekirite, men kijan ou va reyisi nan vye rakbwa Jourdain an?
JER 12:6 Paske menm frè ou yo ak lakay papa ou a; menm yo menm, te fè trèt avèk ou! Menm yo menm, te rele dèyè ou. Pa kwè yo, malgre bèl pawòl dous.
JER 12:7 “Mwen te abandone lakay Mwen an, Mwen te abandone eritaj Mwen an; Mwen fin bay fi byeneme a nanm Mwen an pou antre nan men lènmi li yo.
JER 12:8 Eritaj Mwen an te vini pou Mwen, kon yon lyon k ap gwonde nan forè a. Li te gwonde kont Mwen. Akoz sa, Mwen te vin rayi li.
JER 12:9 Èske eritaj Mwen an gen tan vin tankou yon zwazo takte nan lachas? Èske gen zwazo voras kont li tout kote? Ale, rasanble tout bèt sovaj nan chan yo. Mennen yo pou yo ka devore!
JER 12:10 Anpil bèje fin gate chan rezen Mwen yo. Yo te foule chan Mwen an anba pye; yo te fè bèl chan Mwen an vin yon savann dezole.
JER 12:11 Li te vin yon dezè. Abandonen, li plenyen devan M. Tout latè vin dezole, akoz pèsòn pa pran sa an kè.
JER 12:12 Sou tout do mòn sèch nan dezè yo, destriktè yo vin parèt, paske yon nepe SENYÈ a ap devore soti nan yon pwent peyi a jis rive nan lòt la. Nanpwen lapè pou pèsòn.
JER 12:13 Se ble yo te simen e yo rekòlte pikan. Yo te fè gwo efò, san ke yo pa reyisi anyen. Men se pou nou vin wont rekòlt nou an akoz gwo kòlè SENYÈ a.”
JER 12:14 Konsa pale SENYÈ a de tout vwazen mechan k ap atake eritaj ke Mwen te bay a pèp Mwen an, Israël: “Gade byen, Mwen prèt pou dechouke yo depi nan peyi pa yo. Anplis, Mwen va dechouke lakay Juda soti nan mitan yo.
JER 12:15 Epi li va vin rive ke apre Mwen dechouke yo, Mwen va ankò gen konpasyon pou yo. Mwen va mennen yo retounen, yo chak a eritaj pa yo, e yo chak nan pwòp peyi pa yo.
JER 12:16 Epi si, anverite, yo va aprann chemen a pèp Mwen an, pou sèmante pa non Mwen: ‘Kon SENYÈ a viv la’, menm jan ke yo menm te enstwi pèp Mwen an pou sèmante pa Baal yo, yo va vin etabli nan mitan pèp Mwen an.
JER 12:17 Men si yo pa koute, alò, Mwen va dechouke nasyon sa a, dechouke e detwi li,” deklare SENYÈ a.
JER 13:1 Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale achte pou kont ou yon senti an twal len. Mete l nan senti ou, men pa mete li nan dlo.”
JER 13:2 Konsa mwen te achte senti a selon pawòl SENYÈ a, e te mete l nan senti mwen.
JER 13:3 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa a, epi te di:
JER 13:4 “Pran senti ke ou te achte a, ki antoure senti ou a, leve ale nan Rivyè Euphrate la, e kache li la nan yon twou wòch.”
JER 13:5 Konsa, mwen te ale kache li akote Rivyè Euphrate la, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.
JER 13:6 Apre anpil jou, SENYÈ a te di m: “Leve ale nan Rivyè Euphrate la e leve pran senti ke M te kòmande ou sere la a.”
JER 13:7 Epi mwen te ale nan Rivyè Euphrate la, mwen te fouye e mwen te pran senti a sòti nan plas kote mwen te sere li. Konsa, gade byen, senti a te gate. Li te vin san valè.
JER 13:8 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
JER 13:9 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Se konsa Mwen va detwi ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan.
JER 13:10 Pèp mechan sila a, ki refize koute pawòl Mwen yo, ki mache nan kou tèt di a kè yo e te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo, e pou pwostène devan yo, kite yo vin tankou senti sa a, san okenn valè nèt.
JER 13:11 Paske jan senti a kwoke nan senti a yon nonm nan, se konsa Mwen te fè tout lakay Israël kwoke sou Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou yo ta kapab pou Mwen, yon pèp, de rekonesans, pou lwanj e pou glwa; men yo pa t koute.’
JER 13:12 “Pou sa, ou gen pou pale pawòl sa a yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Fòk tout veso yo plen ak diven.”’ Epi lè yo di ou: ‘Èske nou pa konnen ke tout veso oblije plen ak diven?’
JER 13:13 Alò, pale yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou plen tout sila ki rete nan peyi sa yo—wa k ap chita pou David sou twòn li an, prèt yo, pwofèt yo ak tout moun nan peyi Jérusalem yo—ak koze vin sou nèt la!
JER 13:14 Mwen va kraze yo, youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm”, deklare SENYÈ a. “Mwen p ap gen pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.”’”
JER 13:15 Koute e prete atansyon ak sa. Pa fè ògèy, paske SENYÈ a fin pale.
JER 13:16 Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa, avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo; pou pandan nou ap tann limyè, Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a pou l rive nan tenèb ki san espwa.
JER 13:17 Men si ou pa koute sa a, nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a. Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo, akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.
JER 13:18 Di a wa a ak manman rèn nan: “Pran yon chèz ki ba, paske bèl kouwòn ou an, kouwòn de glwa a menm, fin tonbe kite tèt ou.”
JER 13:19 Vil negev yo te fèmen ak kle, e nanpwen moun ki pou louvri yo. Tout Juda fin antre an egzil, antre an egzil nèt.
JER 13:20 Leve zye ou pou wè, men sila k ap vini soti nan nò yo. Kote bann mouton ki te bay a ou menm nan, bèl mouton ou yo?
JER 13:21 Kisa ou va di lè Li chwazi yo chèf sou nou— konsi, se nou menm ki te enstwi yo— ansyen zanmi nou yo vin chèf sou nou? Èske gwo doulè p ap sezi ou tankou yon fanm nan akouchman?
JER 13:22 “Si ou di nan kè ou, poukisa bagay sa te rive mwen?” Akoz grandè a inikite ou, jip ou yo te vin retire e talon ou yo te vin ekspoze.
JER 13:23 Èske Etyopyen an ka chanje koulè po li, oswa leyopa a takte li yo? Sèl Konsa nou menm tou, ak abitid fè mal, ta ka chanje 1 pou vin fè byen.
JER 13:24 Akoz sa, Mwen va gaye yo kon pay nan van, nan van dezè a.
JER 13:25 “Sa se tiraj osò pa nou, pòsyon ke nou resevwa sòti nan Mwen an”, deklare SENYÈ a, “akoz nou te bliye Mwen e te mete konfyans nan sa ki fo.
JER 13:26 Akoz sa, Mwen menm va retire jip ou anwo figi ou, pou wont ou kapab vin vizib.
JER 13:27 Mwen te wè abominasyon nou yo, akadiltè ou yo e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo, sou kolin ak nan chan yo. Malè a ou menm, O Jérusalem! Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?” Pou konbyen de tan sa va dire?
JER 14:1 Sa se pawòl SENYÈ a a Jérémie konsènan gwo sechrès la:
JER 14:2 Juda kriye ak doulè e pòtay li yo vin abandone. Yo chita atè pou fè dèy e kri Jérusalem vin monte.
JER 14:3 Prens pa yo te voye sèvitè yo chache dlo. Yo rive nan sitèn yo, men nanpwen dlo. Yo te retounen ak veso yo vid. Yo te vin wont, imilye e yo te kouvri tèt yo.
JER 14:4 Akoz tè sèch la vin fann, akoz pa t gen lapli sou peyi a; kiltivatè yo te vin wont. Yo te kouvri tèt yo.
JER 14:5 Wi, menm femèl sèf nan chan an fè pitit pou kite yo. Nanpwen zèb.
JER 14:6 Bourik mawon yo kanpe sou kolin sèch yo. Y ap rale soufle fò tankou chen mawon. Zye yo vin febli, paske nanpwen anyen ki vèt.
JER 14:7 Malgre inikite nou yo temwaye kont nou, O SENYÈ, aji pou koz a non Ou! Rebelyon nou anpil. Nou te peche kont Ou.
JER 14:8 O Espwa Israël la, Sovè li nan tan gwo twoub la, poukisa Ou tankou yon etranje nan peyi a? Oswa yon vwayajè ki te monte tant li lannwit?
JER 14:9 Poukisa Ou tankou yon nonm twouble, tankou yon nonm pwisan ki pa kapab bay sekou? Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou; pa abandone nou!
JER 14:10 Konsa pale SENYÈ a a pèp sa a: “Malgre yo tèlman renmen egare; yo pa t kenbe pye yo nan bon kontwòl. Akoz sa, SENYÈ a pa aksepte yo. Koulye a, li sonje inikite yo. Li fè yo rannkont pou peche yo.”
JER 14:11 Pou sa, SENYÈ a te di m: “Pa fè lapriyè nan favè a pèp sa a.
JER 14:12 Lè yo fè jèn, Mwen p ap koute kri yo; epi lè yo ofri ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo. Pito Mwen va fè yo disparèt ak nepe, ak gwo grangou, bèt ak maladi k ap ravaje chan yo.”
JER 14:13 Men “A, Senyè, BONDYE a!” Mwen te di: “Gade, pwofèt yo ap di yo: ‘Ou p ap wè nepe, ni gwo grangou, men se lapè k ap rete nèt nan plas sa a.’”
JER 14:14 Konsa, SENYÈ a te di Mwen: “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo. Y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo.
JER 14:15 Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’, ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo!
JER 14:16 Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va vide pwòp mechanste pa yo sou yo.
JER 14:17 “Ou va di yo pawòl sa a: ‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen e pa kite dlo yo sispann; Paske fi vyèj a pèp mwen an te kraze ak yon gran brèch, ak yon blesi byen grav.
JER 14:18 Si mwen ale andeyò peyi a, gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo! Oswa si mwen antre nan vil la, gade byen, maladi ak gwo grangou! Paske pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’”
JER 14:19 Èske Ou te rejte Juda nèt? Oswa èske Ou te rayi Sion? Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou vin pa ka geri? Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini; pou yon tan pou nou ta ka geri, men gade byen, se gwo laperèz!
JER 14:20 Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ, inikite a papa zansèt nou yo, paske nou te peche kont Ou.
JER 14:21 Pa meprize nou, pou koz a pwòp non Ou: pa kite twòn a glwa ou a dezonore. Sonje e pa kraze akò Ou avèk nou.
JER 14:22 Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli? Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo? Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an? Akoz sa, nou mete espwa nan Ou, paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.
JER 15:1 Alò, SENYÈ a te di mwen: “Menm si Moïse ak Samuel te kanpe devan M, kè M pa t ap avèk pèp sa a. Voye yo sòti nan prezans Mwen! Kite yo ale nèt!
JER 15:2 Konsa l ap rive ke lè yo mande ou: ‘Ki jan n ap prale?’, alò, ou va di yo: ‘Se konsa SENYÈ a pale: “Sila ki pou mouri yo, a lanmò; ak sila ki pou nepe yo, a nepe; sila ki pou gwo grangou yo, a gwo grangou a; e sila ki pou kaptif yo, a kaptivite.”’
JER 15:3 “Mwen va chwazi sou yo kat kalite jan,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou chire yo, e bèt syèl yo, ak bèt latè pou devore e detwi yo.
JER 15:4 Mwen va fè yo yon objè sezisman pami tout wayòm latè yo, akoz Manassé, fis a Ézéchias la, wa Juda a, pou sa li te fè Jérusalem nan.”
JER 15:5 “Anverite, se kilès k ap gen pitye pou ou, O Jérusalem? Oswa kilès k ap fè gwo kri pou ou? Oswa k ap vire sou kote pou mande si ou byen?
JER 15:6 Ou menm ki abandonen Mwen an,” deklare SENYÈ a, “Ou kontinye ap fè bak. Pou sa, Mwen te lonje men M kont ou e Mwen te pou detwi ou. Mwen bouke demontre ou konpasyon!
JER 15:7 Mwen te vannen yo ak yon fouchèt vannen nan pòtay peyi a. Mwen te prive yo de pitit yo. Mwen te detwi pèp Mwen an. Yo pa t vire kite chemen yo.
JER 15:8 Vèv pa yo vin plis ke grenn sab lanmè devan Mwen. Mwen te fè parèt kont yo; kont manman a yon jennonm, yon destriktè a midi. Mwen te sibitman fè desann sou li gwo doulè ak sezisman.
JER 15:9 Sila ki te fè sèt pitit gason te vin chagren; li te rale denyè souf. Solèy pa li te vin desann nan mitan lajounen; li te soufri wont e li te menm imilye. Konsa, Mwen va remèt sila ki chape de nepe yo devan lènmi yo,” deklare SENYÈ a.
JER 15:10 Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen, yon nonm ki fè twoub leve, yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a! Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen; malgre sa, yo tout ban m madichon.
JER 15:11 SENYÈ a te di: “Anverite, Mwen va bay ou fòs pou sa ki bon. Anverite, Mwen va fè lènmi an fè siplikasyon pou ou nan yon tan gwo dezas, ak yon tan gwo doulè.
JER 15:12 Èske yon moun ka kraze fè; fè ki sòti nan nò, oswa bwonz?
JER 15:13 Mwen va bay gwo richès ou ak trezò ou yo, kon piyaj ki san frè; sa a, konsa, pou tout peche ou yo, menm anndan tout lizyè ou yo.
JER 15:14 Mwen va fè lènmi ou yo mennen yo nan yon peyi ke ou pa konnen; paske yon dife te vin limen nan kòlè Mwen ki va brile sou ou.”
JER 15:15 Ou menm ki konnen, O SENYÈ, sonje mwen e pran vanjans sou pèsekitè mwen yo. Nan pasyans Ou, O SENYÈ, pa retire m nèt; rekonèt ke pou non Ou, mwen te sipòte repwòch.
JER 15:16 Pawòl Ou yo te vin twouve; mwen te manje yo. Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa ki fè kè m rejwi; paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.
JER 15:17 Mwen pa t chita nan sèk moun k ap fè banbòch, ni mwen pa t vante tèt mwen wo. Akoz men Ou sou mwen, mwen te chita apa pou kont mwen, paske Ou te ranpli mwen ak endiyasyon.
JER 15:18 Poukisa, doulè mwen an rete tout tan, eblese mwen an rete san gerizon? Èske Ou menm, anverite, va devni pou mwen kon yon sous twonpe, ak dlo sou sila yo pa ka depann?
JER 15:19 Konsa, pale SENYÈ a: “Si ou retounen, alò, Mwen va mennen ou ankò pou ou kanpe devan M. Si ou separe sa ki presye soti de sa ki san valè, ou va vin tankou bouch Mwen. Yo va retounen kote ou; men ou menm, ou p ap retounen kote yo menm.
JER 15:20 Mwen va fè ou devan pèp sa a, yon miray fòtifye ak bwonz. Malgre yo goumen kont ou, yo p ap genyen sou ou; paske Mwen avèk ou pou ba ou sekou e pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
JER 15:21 “Konsa, Mwen va delivre ou nan men a mechan yo e Mwen va rachte ou soti nan men a vyolan yo.”
JER 16:1 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
JER 16:2 “Ou p ap pran yon madanm pou ou menm, ni fè fis ak fi nan kote sa a.”
JER 16:3 Paske konsa pale SENYÈ a konsènan fis ak fi ki fèt nan plas sila a, e konsènan manman yo ki te fè yo ak papa yo ki te fè yo nan peyi sa a:
JER 16:4 “Yo va mouri mò yo ki byen move. Yo p ap fè dèy pou yo, ni antere yo. Yo va rete tankou fimye bèt sou sifas latè. Yo va manje nèt ak nepe ak gwo grangou. Kadav yo va devni manje pou zwazo syèl ak pou bèt sovaj latè yo.”
JER 16:5 Paske konsa pale SENYÈ a: “Pa antre nan kay doulè a, ni pa ale kriye pou yo! Pa regrèt yo! Paske Mwen te retire lapè M de pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “lanmou Mwen ak konpasyon Mwen.”
JER 16:6 Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo.
JER 16:7 Pèsòn p ap kase pen doulè a pou yo, pou konsole okenn moun pou lanmò, ni bay yo yon tas konsolasyon pou bwè pou papa yo, oswa manman yo.
JER 16:8 “Anplis, ou pa prale nan yon kay ki gen fèt pou chita ak yo pou manje ak bwè.”
JER 16:9 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va elimine nèt nan plas sa, vwa rejwisans ak vwa kè kontan, vwa a jèn gason fenk marye ak vwa a jèn fi marye, devan zye nou e nan pwòp tan pa nou.
JER 16:10 Alò, lè ou di pèp sa a tout pawòl sa yo, yo va di ou: ‘Pou ki rezon SENYÈ a te deklare tout gwo malè sa a kont nou? Epi ki inikite oswa ki peche ke nou te fè kont SENYÈ a, Bondye nou an?’
JER 16:11 Nan lè sa a, ou gen pou di yo: ‘Akoz papa zansèt nou yo te abandone Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou te swiv lòt dye yo, pou te sèvi yo e te pwostène devan yo. Konsa yo te abandone Mwen e yo pa t kenbe lalwa Mwen an.
JER 16:12 Nou tou, te fè mal plis menm ke papa zansèt nou yo. Paske gade byen, nou chak ap mache selon tèt di a pwòp kè mechan pa nou, san koute Mwen.
JER 16:13 Akoz sa, Mwen va jete nou deyò peyi sa a, antre nan yon peyi ke nou pa t janm konnen, ni nou menm, ni papa zansèt nou yo. La menm, nou va sèvi lòt dye yo lajounen kon lannwit, paske Mwen p ap bannou okenn favè.’
JER 16:14 “Akoz sa, gade byen, gen jou k ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè fraz sila a p ap menm repete ankò: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen, fè fis Israël yo soti nan peyi Égypte la’,
JER 16:15 Men: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen fè monte fis Israël yo soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote Li te ekzile yo.’ Paske Mwen va restore yo a pwòp peyi yo, ke Mwen te bay a papa zansèt yo.
JER 16:16 “Gade byen, Mwen ap voye anpil moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo.
JER 16:17 Paske zye M sou tout chemen pa yo. Yo pa kache devan figi Mwen, ni inikite yo pa kache devan zye M.
JER 16:18 Premyèman, Mwen va rekonpanse doub tout inikite ak peche yo, akoz yo te fè peyi a pouri nèt. Akoz yo te ranpli eritaj Mwen an ak kadav a zidòl abominab yo, e eritaj Mwen an ak abominasyon pa yo.”
JER 16:19 O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an e sekou mwen an nan jou gwo malè a, vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè. Yo va di: “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti sa ki pouryen, san enpòtans e san benefis.”
JER 16:20 Èske lòm dwe fè dye pou kont li, malgre se pa dye yo ye?
JER 16:21 “Akoz sa, gade byen, Mwen va fè yo konnen, fwa sa a, Mwen va fè yo konnen pouvwa M, ak pwisans Mwen. Konsa, yo va konnen ke non Mwen se SENYÈ a.”
JER 17:1 Peche a Juda ekri ak yon plim fèt an fè, ak yon pwent dyaman. Li grave sou tablo kè yo, ak sou kòn lotèl pa yo.
JER 17:2 Menm jan yo sonje pitit pa yo, se konsa yo sonje lotèl pa yo, ak Asherim sou kote bwa vèt, sou wo kolin yo.
JER 17:3 O mòn nan vil andeyò Mwen an, Mwen va bay yo tout richès ou yo ak tout trezò ou yo kon piyaj, wo plas ou yo pou peche, nan tout lizyè ou yo.
JER 17:4 Epi ou va menm pou kont ou, kite eritaj ke M te ba ou la. Konsa, Mwen va fè ou sèvi lènmi ou yo nan peyi ke ou pa konnen an; paske ou te limen nan kòlè Mwen yon dife ki va brile jis pou tout tan.
JER 17:5 Konsa pale SENYÈ a: “Modi se moun ki mete konfyans nan lòm, ki fè lachè vin fòs li, ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.
JER 17:6 Paske li va tankou bwa raje nan dezè; li p ap janm wè lè bonè rive, men li va viv pami wòch savann nan dezè a, nan yon peyi sale, san moun ki rete ladann.
JER 17:7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a, ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
JER 17:8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo, ki lonje rasin li akote yon sous dlo. Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt. Li p ap twouble nan ane sechrès la, ni sispann bay fwi.
JER 17:9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo. Nanpwen lasante ladann. Se kilès ki ka konprann li?
JER 17:10 “Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv, pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li, selon fwi a zèv li yo.”
JER 17:11 Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.
JER 17:12 Yon twòn plen ak laglwa plase an wo, depi kòmansman an, se li ki azil nou.
JER 17:13 O SENYÈ, espwa Israël la, tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont. Sila yo ki kite Mwen sou latè yo, sou latè non yo va vin enskri, akoz yo te abandone SENYÈ a, sous dlo vivan an.
JER 17:14 Geri mwen, O SENYÈ e mwen va geri nèt! Sove mwen e mwen va sove! Paske se Ou menm ki lwanj mwen an.
JER 17:15 Gade, y ap di mwen tout tan: “Kote pawòl SENYÈ a? Kite l ranpli koulye a”.
JER 17:16 Men pou mwen menm, mwen pa t kouri pou m ta sispann fè bèje pou Ou, ni mwen pa t anvi wè jou malè sa a. Ou konnen! Tout pawòl lèv mwen yo te nan prezans Ou.
JER 17:17 Pa fè m gwo laperèz. Ou se azil mwen nan jou gwo twoub la.
JER 17:18 Ke sila ki pèsekite mwen yo vin wont, men pou mwen menm, pa kite mwen vin wont; kite yo twouble nèt, men pa kite m vin twouble. Mennen sou yo yon jou gwo twoub. Detwi yo ak yon destriksyon ki doub!
JER 17:19 Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale kanpe nan pòtay piblik la, kote wa Juda yo fè antre sòti a, nan tout pòtay Jérusalem yo.
JER 17:20 Pale yo konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, wa Juda yo, e tout Juda ak tout sila k ap viv Jérusalem yo, k ap fè antre sòti nan pòtay yo:
JER 17:21 Konsa pale SENYÈ a: “Veye afè nou e pa pote okenn chaj nan jou Saba a, ni pa mennen anyen antre nan pòtay Jérusalem nan.
JER 17:22 Nou p ap fè okenn chaj sòti lakay nou nan jou Saba a. Ni pa fè okenn travay, men kenbe jou Saba a sen, jan Mwen te kòmande papa zansèt nou yo.
JER 17:23 Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di pou yo pa ta koute, ni vin korije.
JER 17:24 Men li va vin rive ke si ou koute M byen pre,” deklare SENYÈ a, “pou pa fè chaj antre nan pòtay lavil sa a nan jou Saba a, men ou kenbe Saba a sen e pa fè travay sou li,
JER 17:25 alò, va genyen moun ki antre nan pòtay lavil sa a, wa ak prens ki chita sou twòn a David yo, monte sou cha yo ak sou cheval yo, yo menm ak prens pa yo, moun Juda ak sila ki rete Jérusalem yo e vil sa a va abite jis pou tout tan.
JER 17:26 Yo va antre ladann soti nan vil a Juda yo ak tout andwa ki antoure Jérusalem yo; soti nan peyi Benjamin, soti nan ba plèn nan, nan peyi kolin yo ak nan dezè a, k ap pote ofrann brile, sakrifis, ofrann sereyal, ak lansan e yo va mennen sakrifis a remèsiman lakay SENYÈ a.
JER 17:27 Men si nou pa koute Mwen e pa kenbe jou Saba a sen ak sispann pote chaj e antre nan pòtay Jérusalem nan jou Saba a; alò, Mwen va limen yon dife nan pòtay li yo. Konsa, li va devore palè Jérusalem yo, e li p ap etenn menm.”’”
JER 18:1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a ki te di:
JER 18:2 “Leve desann lakay mèt krich la, e la Mwen va anonse pawòl Mwen yo a ou menm.”
JER 18:3 Konsa, mwen te desann lakay mèt krich la. E gade byen, li t ap fè yon bagay sou wou a.
JER 18:4 Men veso ke li t ap fè ak ajil la te gate nan men mèt krich la. Pou sa, li te refòme l fè yon lòt veso jan sa te fè l plezi fè a.
JER 18:5 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
JER 18:6 Èske Mwen pa kabab, O lakay Israël, aji avèk ou menm jan mèt krich la konn fè a? deklare SENYÈ a. Gade byen, tankou ajil la nan men mèt krich la a, se konsa ou ye nan men Mwen, O lakay Israël.
JER 18:7 Nan yon moman, Mwen ka pale konsa konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou dechouke li, pou jete li atè, oswa pou detwi li.
JER 18:8 Men si nasyon sa a ke Mwen te pale a, vin kite mechanste li a, Mwen va vin repanti konsènan gwo twoub ke m te gen entansyon fè rive l la.
JER 18:9 Oswa, nan yon lòt moman, Mwen ka pale konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou bati li, oswa pou etabli li.
JER 18:10 Men si li fè mal nan zye M e pa obeyi vwa M, alò, Mwen va repanti de byen nan ke M te fè pwomès fè yo.
JER 18:11 “Alò, pou sa, pale ak mesye Juda yo, ak moun ki rete Jérusalem yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap prepare gwo malè kont nou, e Mwen ap fòme yon plan kont nou. Vire fè bak, nou chak, soti nan wout mechan li, e korije de zak nou yo.”’
JER 18:12 Men yo va di: ‘Sa pa ka fèt! Paske nou ap swiv pwòp plan pa nou, e nou chak va aji selon pwòp panse a kè di nou.’
JER 18:13 Akoz sa a, pale SENYÈ a: “Mande, koulye a, pami nasyon yo; se kilès ki konn tande yon koze konsa? Vyèj Israël la te fè yon bagay pi lèd pase tout bagay.
JER 18:14 Èske lanèj Liban konn fè fayit pou l pa kite wòch chan an? Oswa èske dlo frèt ki koule soti depi lwen va vin sèch?
JER 18:15 Paske pèp Mwen an fin bliye Mwen. Yo brile lansan bay dye ki san valè yo. Yo chape tonbe kite chemen yo, soti nan chemen ansyen yo, pou mache nan vye ti wout, men pa sou gran chemen an.
JER 18:16 Y ap fè peyi nou vin yon dega, yon objè moun ap sifle. Tout sila ki pase ladann va etone pou sa e va souke tèt yo.
JER 18:17 Tankou van lès, Mwen va gaye yo nèt devan lènmi an, Nan jou kalamite yo, Mwen va ba yo do m. Yo p ap wè figi M.
JER 18:18 Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”
JER 18:19 Koute mwen, SENYÈ e, koute sa ke lènmi m yo ap di!
JER 18:20 Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon? Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen. Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou, pou pale sa ki bon pou yo menm, pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.
JER 18:21 Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou e livre yo anba pouvwa nepe a. Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv. Kite mesye yo tou vin frape a lanmò; e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.
JER 18:22 Pou yon gwo kri ka tande soti lakay yo lè sibitman, Ou mennen rive yon bann piyajè sou yo; paske yo te fouye yon fòs pou pran mwen, e te kache pèlen pou pye m.
JER 18:23 Malgre sa, Ou menm, O SENYÈ, Ou konnen tout manèv mòtèl yo kont mwen yo. Pa padone inikite pa yo, ni efase peche yo devan zye Ou. Men kite yo boulvèse nèt jis yo jete nèt devan Ou. Aji avèk yo nan lè kòlè Ou a!
JER 19:1 Konsa pale SENYÈ a: “Ale achte yon po kanari nan men mèt krich la. Pran kèk nan ansyen a pèp yo, ak kèk nan prèt prensipal yo.
JER 19:2 Konsa, ale deyò nan vale Ben-Hinnom nan, ki akote antre pòtay kanari kraze a, e la pwoklame pawòl ke M pale ou yo.
JER 19:3 Di: ‘Tande pawòl SENYÈ a, O wa Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo: konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen gwo malè sou plas sa a, k ap fè zòrèy a tout moun ki tande yo vin toudi.
JER 19:4 Akoz yo te abandone Mwen, yo te fè plas sa a vin pa pwòp, e yo te brile sakrifis nan li bay lòt dye, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo, ni wa a Juda yo pa t janm konnen—epi akoz yo te plen plas sa a ak san a inosan yo,
JER 19:5 akoz yo te bati wo plas a Baal yo pou brile pwòp fis pa yo nan dife kon ofrann brile a Baal yo, yon bagay ke Mwen pa t janm kòmande, ni pale, ni li pa t janm antre nan tèt Mwen.’
JER 19:6 Akoz tout sa a, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “pou plas sa a pa rele ‘Topheth’ ankò, oswa ‘Vale Ben-Hinnom’ nan; men pito, ‘Vale a Gwo Masak’ la.
JER 19:7 “‘“Mwen va fè nil tout konsèy Juda ak Jérusalem nan plas sa a. Mwen va fè yo tonbe pa nepe devan lènmi yo, e pa men a sila k ap chache lavi yo. Konsa, Mwen va bay kadav yo pou manje a zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo.
JER 19:8 Anplis, Mwen va fè vil sa a yon dega, yon objè degoutan k ap fè moun soufle anlè kon koulèv. Tout moun ki pase akote li va vin etone, e sifle anlè akoz tout dezas li yo.
JER 19:9 Mwen va fè yo manje chè pwòp fis pa yo ak fi pa yo. Yo va manje chè youn lòt nan syèj la, ak nan gwo twoub avèk sila lènmi pa yo, ak sila k ap chache lavi yo va twouble yo.”’
JER 19:10 “Nan moman sa a, ou gen pou kraze kanari a devan zye a tout moun ki akonpanye ou.
JER 19:11 Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Se konsa Mwen va kraze pèp sa a ak vil sa a, jis jan ke yon moun kraze yon po kanari, pou l pa ka repare ankò. Yo va antere Topheth, jis lè pa gen plas pou antere ankò.
JER 19:12 Se konsa, mwen va trete plas sa a ak moun ki rete ladann yo,” deklare SENYÈ a, “pou fè vil sa a tankou Topheth.
JER 19:13 Lakay Juda ak lakay a wa Juda yo va vin souye kon Topheth, akoz anwo twati a tout kay yo te brile sakrifis a tout lame syèl yo, e te vide bwason kon ofrann a lòt dye yo.”’”
JER 19:14 Konsa, Jérémie te sòti Topheth, kote SENYÈ a te voye l pwofetize a. Li te kanpe nan lakou lakay SENYÈ a e te di a tout pèp la:
JER 19:15 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen prèt pou mennen sou vil sila a ak tout bouk li yo tout gwo twoub ke M te deklare kont li yo, akoz yo te fè tèt yo di pou pa koute pawòl Mwen yo.’”
JER 20:1 Lè Paschhur, prèt la, fis a Immer a, ki te chèf ofisye lakay SENYÈ a, te tande Jérémie fè pwofesi sila yo,
JER 20:2 Paschhur te fè yo bat Jérémie, pwofèt la. Li te mete li nan sèp yo ki te kote Pòtay Anwo Benjamin an, ki te nan lakay SENYÈ a.
JER 20:3 Nan pwochen jou a, lè Paschhur te lage Jérémie sòti nan sèp yo, Jérémie te di li: “Paschhur se pa non ke SENYÈ a te bay ou, men pito Magor-Missabib.
JER 20:4 Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè ou vin yon gwo laperèz pou pwòp tèt ou, ak tout zanmi ou yo. Pandan zye ou toujou ap gade, yo va tonbe pa nepe lènmi pa yo. Se konsa, mwen va livre tout Juda, pou tonbe nan men a wa Babylone nan. Li va pote yo ale tankou egzile Babylone e li va touye yo ak nepe.
JER 20:5 Anplis, Mwen va livre tout richès vil sa a, tout pwodwi li yo ak tout bagay koute chè li yo, menm tout trezò a wa a Juda yo, e mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va piyaje yo, pote yo ale, e pote yo Babylone.
JER 20:6 Konsa, ou menm, Paschhur, ou menm ak tout sila ki rete lakay ou yo, va ale an kaptivite. Ou va antre nan Babylone. Ou va mouri la, e la, ou va antere; ou menm avèk tout zanmi ou yo ki te bay fo pwofesi yo.’”
JER 20:7 O SENYÈ, Ou te mennen m e mwen te mennen; Ou pi fò pase m, e Ou te genyen m. Mwen te vin yon gwo blag tout lajounen; se tout moun k ap moke mwen.
JER 20:8 Paske chak fwa ke m pale, mwen kriye fò; mwen pwoklame vyolans ak destriksyon! Konsa, pawòl SENYÈ a te fè m resevwa repwòch. Mwen pase nan rizib tout lajounen.
JER 20:9 Si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò, ni pale ankò nan non Li”, alò, anndan kè mwen vin kon yon dife k ap brile ki fèmen nan zo m. Mwen bouke kenbe l anndan m, mwen pa kapab.
JER 20:10 Paske mwen tande detripe nan zòrèy anpil moun: “Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!” Tout zanmi m ke m konn fè konfyans yo, k ap tann pou yo wè lè mwen tonbe, ap di: “Petèt nou ka mennen l, pou nou ka vin enpoze nou sou li e konsa, nou va pran vanjans sou li.”
JER 20:11 Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs. Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak. Yo p ap reyisi. Yo va wont nèt akoz yo fè fayit, ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.
JER 20:12 Sepandan, O SENYÈ dèzame yo, Ou menm ki sonde moun dwat yo, ki wè panse ak kè a; kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske a Ou menm, mwen te konfye ka m nan.
JER 20:13 Chante a SENYÈ a, louwe SENYÈ a! Paske Li te delivre nanm a malere a soti nan men a malfektè yo.
JER 20:14 Kite jou ke mwen te fèt la modi; kite jou ke manman m te akouche m nan vin pa beni!
JER 20:15 Kite nonm ki te mennen nouvèl kote papa m nan, ki te di: “Yon tigason te fèt a ou menm,” e ki te fè l byen kontan an, vin modi.
JER 20:16 Men kite nonm sa a vin kon gwo vil ke SENYÈ a te kraze nèt san pitye. Kite li tande gwo kri nan granmmaten ak kri “Anmwey” a midi,
JER 20:17 akoz li pa t touye m avan mwen te fèt, pou manman m ta ka sèvi kon tonbo a pou vant li rete ansent pou tout tan.
JER 20:18 Poukisa mwen te janm sòti nan vant, pou m ta gade twoub ak tristès, pou jou m yo ta pase nan wont?
JER 21:1 Pawòl ki te vini kote Jérémie soti nan SENYÈ a, lè Wa Sédécias te voye Paschhur, fis a Malkija a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, pou di l:
JER 21:2 Souple, mande a SENYÈ a pou nou menm, paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan ap fè lagè kont nou. Petèt SENYÈ a va aji avèk nou selon zèv mèvèy Li yo, pou lènmi an rete kò l sou nou.
JER 21:3 Alò, Jérémie te di yo: “Nou va di Sédécias konsa:
JER 21:4 ‘Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou vire zam lagè ki nan men nou yo, zam ak sila n ap batay kont wa Babylone nan, ak Kaldeyen k ap fè syèj nou deyò miray la. Konsa, Mwen va rasanble yo nan mitan vil sa a.
JER 21:5 Mwen menm, Mwen va fè lagè kont nou ak yon men lonje, ak yon bra pwisan, menm ak kòlè, gwo kòlè, ak gwo endiyasyon.
JER 21:6 Anplis, Mwen va frape tout sa ki rete nan vil sa a, ni lòm, ni bèt. Yo va mouri akoz yon gwo epidemi.
JER 21:7 Lè l fini”, deklare SENYÈ a: “Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, sila yo ki chape nan vil sa a de epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou fè yo antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo. Epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo.”’
JER 21:8 “Anplis, Ou va di a pèp sa a: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen mete devan nou chemen lavi ak chemen lanmò.
JER 21:9 Sila ki rete nan vil sa a va mouri pa nepe ak gwo grangou, ak epidemi, men sila ki soti e desann kote Kaldeyen k ap fè syèj kont nou yo, va sove lavi li. Li va chape ak lavi li.
JER 21:10 Paske Mwen te ranje figi M kont vil sa a pou mal, e pa pou byen,” deklare SENYÈ a. “Li va livre nan men a wa Babylone nan e li va brile li ak dife.”’
JER 21:11 “Konsa, di a lakay wa Juda a: ‘Tande pawòl SENYÈ a.
JER 21:12 O lakay David, konsa pale SENYÈ a: ‘Aji ak jistis chak maten. Delivre moun ki te vòlè devan pouvwa a sila ki te oprime l la, pou gwo kòlè Mwen pa sòti deyò kon dife e brile yon jan pou okenn pa ka etenn, akoz mechanste a zak yo.
JER 21:13 Gade byen, Mwen kont ou, O sila ki rete nan ba plèn nan,’ deklare SENYÈ a. ‘Nou menm k ap di: “Se kilès k ap desann kont nou?” Oswa, “Se kilès k ap antre nan abitasyon nou yo?”
JER 21:14 Mwen va pini nou selon rezilta zak nou yo, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va limen yon dife nan forè li ki va devore tout ozanviwon li.’”
JER 22:1 Konsa pale SENYÈ a: “Ale desann kote kay wa Juda a, e pale pawòl sa a:
JER 22:2 Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, O wa Juda, ki chita sou twòn David la, ou menm, sèvitè ou yo ak pèp ou a ki antre nan pòtay sila yo.
JER 22:3 Konsa pale SENYÈ a: “Fè jistis ak ladwati e delivre sila ki te vòlè devan pouvwa sila ki te oprime l la. Anplis pa maltrete ni fè vyolans a yon etranje, òfelen an ak vèv la. Ni pa vèse san inosan nan plas sa a.
JER 22:4 Paske si nou menm mesye yo va, anverite, fè bagay sa a, alò, wa yo va antre nan pòtay kay sa a, e va chita nan plas David sou twòn li an. Yo va monte sou cha yo ak sou cheval yo—yo menm, sèvitè yo ak pèp li a.
JER 22:5 Men si nou pa obeyi pawòl sa yo, Mwen sèmante pa Mwen menm,” deklare SENYÈ a: “ke kay sila a va vin dezole.”’”
JER 22:6 Paske konsa pale SENYÈ a konsènan kay wa a Juda a: “Ou tankou Galaad pou Mwen, tankou tèt mòn Liban an. Malgre, anverite Mwen va fè nou kon yon dezè, kon vil ki abandone.
JER 22:7 Paske Mwen va mete destriktè apa pou ou, yo chak ak zam yo. Epi yo va koupe mete atè bwa sèd pi chwazi ou yo e jete yo nan dife.
JER 22:8 “Anpil nasyon va pase kote vil sa a. Konsa, yo va di youn lòt: ‘Poukisa SENYÈ a te fè bagay sa a gwo vil sa a?’
JER 22:9 Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye yo a, e te pwostène yo a lòt dye yo e te sèvi yo.’”
JER 22:10 Pa kriye pou mò yo. Pa fè dèy pou li, men kriye san rete pou sila ki sòti a; paske li p ap janm retounen, ni li p ap wè peyi l ankò.
JER 22:11 Paske se konsa SENYÈ a pale a Schallum, fis a Josias, wa Juda a, ki te vin wa nan plas Josias, papa li, ki te ale kite plas sa a: “Li p ap janm retounen la,
JER 22:12 men nan plas kote li te mennen an kaptivite a, se la li va mouri e li p ap wè peyi sila ankò.”
JER 22:13 “Malè a sila ki bati kay li san ladwati, chanm anlè yo san jistis, ki itilize sèvis vwazen li san peye e ki pa bay li salè li,
JER 22:14 Ki di: “Mwen va bati pou mwen menm yon kay ak anpil espas, ak gwo chanm anlè. Mwen va koupe fenèt li yo, ba li panno bwa sèd e pentire l an koulè wouj.’
JER 22:15 “Èske ou dwe wa akoz ou pi fò nan afè bwa sèd? Èske papa ou pa t manje, bwè e fè jistis ak sa ki dwat? Epi sa te ale byen pou li.
JER 22:16 Li te plede koz a malere ak aflije yo, epi sa te ale byen. Èske se pa sa ki vle di ou rekonèt Mwen an?” deklare SENYÈ a.
JER 22:17 “Men zye ou ak kè ou rete sèlman sou richès ki ranmase nan zak malonèt, nan vèse san inosan, nan opresyon ak vyolans.”
JER 22:18 Pou sa, konsa SENYÈ a pale konsènan Jojakim, fis a Josias, wa Juda a: “Yo p ap fè dèy pou li. Ni rele ‘Anmwey, frè m!’ ni ‘Anmwey sè m!’ “Yo p ap fè gwo kri pou li. Ni ‘Anmwey, mèt mwen!’ Ni ‘Anmwey, pou gran pwisans li!’
JER 22:19 Li va antere ak antèman bourik, trennen e jete deyò pòtay Jérusalem yo.”
JER 22:20 “Ale monte kote Liban. Kriye fò e leve vwa ou nan Basan. Kriye anplis depi Abarim, paske tout moun ki renmen ou yo vin kraze nèt.
JER 22:21 Mwen te pale ak ou nan pwosperite, men ou te di: ‘Mwen p ap koute’! Konsa abitid ou depi nan jenès ou, ke ou te refize obeyi lavwa M.
JER 22:22 Van an va bale fè disparèt tout bèje ou yo, ak moun ki renmen ou yo, y ap wale an kaptivite. Konsa, ou va anverite wont e imilye akoz tout mechanste ou yo.
JER 22:23 Nou menm k ap viv Liban, ki fè nich ak bwa sèd yo, nou va plenyen nan gòj lè gran doulè a rive sou ou; doulè tankou yon fanm k ap akouche a!
JER 22:24 “Kon Mwen viv la”, deklare SENYÈ a: “Menmsi Jeconia, fis a Jojakim nan, te yon bag so nan men dwat Mwen; malgre sa, Mwen ta rale retire ou.
JER 22:25 Epi mwen ta lese ou tonbe nan men a sila k ap chache lavi ou yo; wi, nan men a sila ke ou krent anpil yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa a Babylone nan, e nan men a Kaldeyen yo.
JER 22:26 Mwen va jete ou ak manman ou ki te fè ou a jis nan yon lòt peyi kote ou pa t fèt, e la ou va mouri.
JER 22:27 Men pou peyi kote yo ta vle retounen an, yo p ap retounen la.”
JER 22:28 Èske nonm sa a, Jenocia se yon po meprize, kraze nèt? Oswa èske li se yon veso lèd, san valè? Poukisa li menm ak desandan li yo te jete deyò konsa e depoze nan yon peyi ke yo pa t konnen?
JER 22:29 O latè, latè, latè, tande pawòl SENYÈ a!
JER 22:30 Konsa pale SENYÈ a: “Mete nonm sa a nan lis kon ‘san pitit’, yon nonm ki p ap reyisi nan jou li yo. Paske nanpwen moun nan desandan li yo ki va reyisi, ni k ap chita sou twòn David la, ni gouvène ankò nan Juda.”
JER 23:1 “Malè a bèje k ap detwi e gaye mouton patiraj Mwen yo!” deklare SENYÈ a.
JER 23:2 Akoz sa, pale SENYÈ Bondye Israël la konsènan bèje k ap fè gadyen pèp Mwen yo: “Nou fin gaye bann mouton Mwen, chase yo ale, e nou pa t okipe yo. Gade byen, Mwen prèt pou regle nou pou mechanste a zak nou yo,” deklare SENYÈ a.
JER 23:3 “Epi konsa, Mwen va rasanble retay bann mouton Mwen an soti nan tout peyi ke m te pouse yo ale yo, e mennen yo retounen nan patiraj yo. Yo va vin bay fwi e peple anpil.
JER 23:4 Anplis, Mwen va leve bèje sou yo e yo va okipe yo. Konsa, yo p ap pè ankò, ni plen ak laperèz ni okenn moun p ap manke,” deklare SENYÈ a.
JER 23:5 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè leve pou lakay David, yon branch plen ladwati. Li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a.
JER 23:6 Nan jou Li yo, Juda va sove, e Israël va rete ansekirite. Men non pa sila yo va rele Li a: ‘SENYÈ a, Ladwati Nou an.’”
JER 23:7 “Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè yo p ap di ankò: ‘Kon SENYÈ a viv ki te mennen fè monte fis Israël yo soti nan peyi Égypte;’
JER 23:8 men: ‘Kon SENYÈ a viv, ki te mennen e fè retounen desandan lakay Israël yo soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote mwen te chase yo ale yo.’ Konsa, yo va viv sou pwòp tèren pa yo.”
JER 23:9 Epi pou pwofèt yo: kè m fin kase anndan m. Tout zo m yo tranble; Mwen vin kon yon moun sou, menm yon moun ki soumèt anba gwòg, akoz SENYÈ a, e akoz pawòl sen Li yo.
JER 23:10 “Paske peyi a plen ak adiltè; paske akoz madichon, peyi a ap kriye. Patiraj nan savann yo fin seche. Y ap kouri nan move chemen e pwisans yo pa pou sa ki dwat.
JER 23:11 Ni pwofèt ni prèt yo vin pouri nèt. Menm anndan lakay Mwen an, Mwen jwenn mechanste yo”, deklare SENYÈ a.
JER 23:12 Akoz sa, chemen pa yo va yon wout ki glise nan tenèb la; yo va vin chase jis rive nan fènwa e vin glise tonbe ladann; paske Mwen va mennen gwo kalamite sou yo nan ane règleman yo,” deklare SENYÈ a.
JER 23:13 “Anplis, pami pwofèt Samarie yo, Mwen te wè yon betiz. Yo te pwofetize pa Baal e yo te egare pèp Mwen an, Israël.
JER 23:14 Osi, pami pwofèt Jérusalem yo, Mwen te wè yon move bagay: Zak adiltè, e yo mache nan sa ki fo. Yo ranfòse men a malfektè yo, pou okenn moun pa vire kite mechanste li. Yo tout vin pou Mwen tankou Sodome e abitan li yo kon Gomorrhe.
JER 23:15 Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo konsènan pwofèt yo: “Gade byen, Mwen ap bay yo manje bwa lanmè e fè yo bwè dlo anpwazone; paske soti nan pwofèt Jérusalem yo, tout kalite pouriti gaye nan tout peyi a.”
JER 23:16 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Pa koute pawòl a pwofèt k ap fè pwofesi devan nou yo. Y ap mennen nou nan bagay ki pou ryen. Yo pale yon vizyon ki sòti nan pwòp imajinasyon pa yo, men pa nan bouch SENYÈ a.
JER 23:17 Yo kontinye di a sila k ap meprize Mwen yo, ‘SENYÈ a te di: “Nou va gen lapè”’” e pou tout sila k ap mache nan pwòp tèt di yo, yo di: “Malè p ap rive nou.”
JER 23:18 Men se kilès ki te kanpe nan konsèy a SENYÈ a, pou l ta wè e tande pawòl li? Kilès ki te prete atansyon a pawòl Mwen, e te koute l?
JER 23:19 Gade byen, tanpèt SENYÈ a deja sòti ak gwo kòlè li. Tankou yon toubiyon k ap vire touwon, li va vire desann sou tèt a mechan an.
JER 23:20 Kòlè SENYÈ a p ap vire fè bak jiskaske Li fin fèt pou l acheve tout volonte a kè li yo. Nan dènye jou yo, nou va konprann sa byen klè.
JER 23:21 Mwen pa t voye pwofèt sila yo, men yo te kouri. Mwen pa t pale ak yo, men yo te fè pwofesi.
JER 23:22 Men si yo te konn kanpe nan konsèy Mwen an; alò, yo t ap anonse pawòl Mwen yo a pèp Mwen an pou fè yo vire fè bak kite wout mechan yo, ak mechanste a zak pa yo.
JER 23:23 “Èske Mwen se pa yon Bondye ki toupre?” deklare SENYÈ a: “E ki pa yon Bondye ki lwen?
JER 23:24 Èske yon nonm ka kache kò l yon kote kachèt pou M pa wè l?” deklare SENYÈ a? “Èske Mwen pa ranpli syèl yo ak tè a?” deklare SENYÈ a?”
JER 23:25 “Mwen te tande sa pwofèt ki fè fo pwofesi nan non Mwen yo te di. Y ap di: ‘Mwen te fè yon rèv, mwen te fè yon rèv!’
JER 23:26 Pou konbyen de tan? Èske gen yon bagay nan kè pwofèt ki fè fo pwofesi yo, menm pwofèt sila ki twonpe pwòp kè yo?
JER 23:27 Yo gen entansyon fè pèp Mwen an bliye non Mwen ak rèv ke yo repete youn ak lòt yo, menm jan ke papa zansèt yo te bliye non M akoz Baal?
JER 23:28 Pwofèt ki fè rèv la, kite li repete rèv li a. Epi sila ki gen pawòl pa M, kite l pale pawòl pa M nan ak verite. Kisa gen nan pay ki sanble ak sereyal?
JER 23:29 Èske pawòl Mwen pa tankou yon dife?” deklare SENYÈ a: “Èske li pa tankou yon mato ki kraze fann wòch?”
JER 23:30 Pou sa, gade byen, “Mwen kont pwofèt yo,” deklare SENYÈ a: “Ki vòlè pawòl Mwen yo soti nan youn lòt.”
JER 23:31 “Gade byen, Mwen kont pwofèt yo”, deklare SENYÈ a: “Ki sèvi lang yo pou deklare, ‘SENYÈ a deklare’.
JER 23:32 Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.
JER 23:33 “Alò, lè pèp sa a, pwofèt la oswa prèt la mande ou pou di: ‘Se kilès ki pòt pawòl SENYÈ a?’ Alò, ou va reponn yo: ‘Ki pòt pawòl sa a?’ “Mwen va retire jete nou” deklare SENYÈ a’.
JER 23:34 Epi pou pwofèt la, prèt la oswa pèp la ki di: ‘Pòt pawòl SENYÈ a’, Mwen va mennen pinisyon sou moun sila a ak lakay li.
JER 23:35 Konsa nou chak va di a vwazen li, ak frè li: ‘Se ki repons SENYÈ a te bay’, oswa ‘se ak kilès SENYÈ a te pale?’
JER 23:36 Paske nou p ap sonje pwofesi SENYÈ a ankò, akoz pawòl a chak moun va devni pwòp mesaj li. Konsa nou fin tòde pawòl a SENYÈ dèzame yo, Bondye nou an.
JER 23:37 Pou sa a, nou va di a pwofèt sa a: ‘Ki repons SENYÈ a te bannou?’ epi ‘Kisa SENYÈ a te di’?
JER 23:38 Akoz nou di: ‘Pwofesi SENYÈ a,’ anverite, konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz nou sèvi pawòl sila a, “pwofesi SENYÈ a,” Mwen ap voye kote nou pou di: “Nou pa pou di ‘Pwofesi SENYÈ a!”’
JER 23:39 Akoz sa, gade byen, Mwen va, anverite, bliye nou e jete nou lwen prezans Mwen, ansanm ak vil ke M te bannou ak papa zansèt nou yo.
JER 23:40 Mwen va fè poze yon repwòch ki p ap janm sòti sou nou, ak yon imilyasyon ki p ap janm bliye.”
JER 24:1 Pawòl SENYÈ a te montre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone.
JER 24:2 Yon panyen te gen bon fig etranje yo, tankou nan premye rekòlt yo, e lòt panyen an te gen move fig ki pa t ka manje akoz yo te pouri.
JER 24:3 Konsa, SENYÈ a te di m: “Kisa ou wè, Jérémie?” Mwen te reponn: “Fig etranje yo, bon fig etranje yo, byen bon, ak move fig etranje yo, byen move, ki pa ka manje akoz yo pouri.”
JER 24:4 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
JER 24:5 “Konsa pale SENYÈ Israël a ‘Tankou bon fig etranje yo, konsa Mwen va konsidere kon bon, kaptif a Juda yo, ke m te voye sòti nan plas sa a pou antre nan peyi Kaldeyen yo.
JER 24:6 Paske Mwen va fikse zye M sou yo pou byen e Mwen va mennen yo ankò nan peyi sa a. Mwen va bati yo, e Mwen p ap rale fè yo desann. Mwen va plante yo e Mwen p ap rache yo.
JER 24:7 Mwen va bay yo yon kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’”
JER 24:8 “Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo—anverite, konsa”, pale SENYÈ a—“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo.
JER 24:9 Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon madichon tout kote ke M gaye yo.
JER 24:10 Mwen va voye nepe ak gwo grangou, maladi ak bèt pou ravaje chan yo jiskaske yo fin detwi soti nan peyi ke M te bay a yo menm nan ak papa zansèt yo.”
JER 25:1 Pawòl ki te rive kote Jérémie konsènan tout pèp a Juda a, nan katriyèm ane a Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, (ki te nan premye ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan),
JER 25:2 ke Jérémie, pwofèt la, te pale a tout pèp Juda a e a tout moun ki te rete Jérusalem yo. Li te di:
JER 25:3 Depi nan trèzyèm ane Josias, fis a Amon an, wa Juda a, menm rive nan jou sa a, pandan venn-twazan sila yo, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Konsa, mwen te pale avèk nou; mwen te leve bonè pou pale ak nou, men nou pa t koute, ni nou pa t panche zòrèy nou pou tande.
JER 25:4 SENYÈ a te voye bannou tout sèvitè Li yo ak pwofèt yo. Li te leve bonè pou voye yo, men nou pa t koute, ni panche zòrèy nou pou koute,
JER 25:5 Li te di: “Vire koulye a nou tout e kite wout mechan nou, mechanste a zak nou yo pou vin rete nan peyi ke SENYÈ a te bannou ak papa zansèt nou yo pou tout tan, jis rive pou tout tan.
JER 25:6 Pa mache dèyè lòt dye pou sèvi e adore yo, ni pa pwovoke M a lakòlè ak zèv men nou yo. Konsa, Mwen p ap fè nou okenn mal.”
JER 25:7 “Sepandan, nou pa t janm koute Mwen,” deklare SENYÈ a: “pou nou ka pwovoke m a lakòlè ak zèv men nou yo, jis rive nan pwòp donmaj nou.”
JER 25:8 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Akoz nou pa t obeyi pawòl Mwen yo,
JER 25:9 gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.
JER 25:10 Anplis, Mwen va retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan.
JER 25:11 Tout peyi sa a va vin yon dezolasyon ak yon gwo laperèz, e nasyon sa yo va sèvi wa Babylone nan pandan swasann-dis ane.”
JER 25:12 “Konsa, li va vin rive ke lè swasann-dis ane vin fini, Mwen va pini wa Babylone nan ak nasyon sa a,” deklare SENYÈ a: “pou inikite pa yo. Pou peyi Kaldeyen yo, Mwen va fè li vin yon dezolasyon nèt jis pou tout tan.
JER 25:13 Mwen va fè rive sou peyi sa a tout pawòl Mwen ke Mwen te pwononse kont li, tout sa ki ekri nan liv sa a, ke Jérémie te fè kon pwofesi kont tout nasyon sa yo.
JER 25:14 (Paske, anpil nasyon ak gwo wa va fè yo vin esklav, menm yo menm. Konsa, Mwen va rekonpanse yo selon zèv yo.)”
JER 25:15 Paske SENYÈ a, Bondye Israël la di mwen: “Pran tas diven kòlè sa a soti nan men Mwen, e fè tout nasyon kote Mwen voye ou yo bwè l.
JER 25:16 Yo va bwè, kilbite e vin fou akoz nepe ke Mwen va voye pami yo.”
JER 25:17 Konsa, mwen te pran tas la nan men SENYÈ a, e mwen te fè tout nasyon sou sila SENYÈ a te voye mwen yo, bwè l:
JER 25:18 Jérusalem ak vil Juda yo, wa pa li yo ak prens li yo, pou fè yo vin detwi nèt, yon gwo laperèz, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon madichon, jis jan sa ye jodi a;
JER 25:19 Farawon, wa Égypte la, sèvitè li yo, prens li yo ak tout pèp li a;
JER 25:20 epi tout etranje yo, tout wa peyi Uts yo, tout wa peyi Filisten yo, menm Askalon, Gaza, Ékron, ak sila ki rete Asdod yo;
JER 25:21 Édom, Moab ak fis Ammon yo;
JER 25:22 epi tout wa Tyr yo, tout wa Sidon yo ak wa peyi kot ki lòtbò lanmè yo;
JER 25:23 Dedan ak Théma, ak Buz e tout sila ki koupe kwen cheve yo;
JER 25:24 epi tout wa Arabie yo ak tout wa a pèp etranje ki rete nan dezè yo;
JER 25:25 epi tout wa Zimri yo, tout wa a Élam yo ak tout wa a Médie yo;
JER 25:26 epi tout wa nò yo, ni pre, ni lwen, youn avèk lòt; epi tout wayòm latè ki sou sifas tè a. Wa Schéschac la va bwè apre yo.
JER 25:27 “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz nepe ke Mwen va voye pami nou an.”’
JER 25:28 Epi li va vin rive ke si yo refize pran tas la nan men ou pou bwè, alò ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Anverite, nou va bwè!
JER 25:29 Paske gade byen, Mwen ap kòmanse fè yon zèv k ap yon kalamite nan vil sa a, ki rele pa non Mwen an. Èske nou dwe konplètman chape anba pinisyon? Nou p ap chape anba pinisyon, paske Mwen ap fè apèl nepe a kont tout sila ki rete sou latè yo”, deklare SENYÈ dèzame yo.”’
JER 25:30 “Akoz sa, ou va pwofetize kont yo ak tout pawòl sa yo. Ou va di yo: ‘SENYÈ a va gwonde fò depi anwo; vwa l va eksprime depi nan abitasyon sen li an. Li va gwonde ak pwisans kont bann mouton pa li an. Li va rele fò tankou sila k ap foule rezen yo, kont tout sila ki rete sou latè yo.
JER 25:31 Yon zen va rive soti nan dènye ekstremite latè, akoz SENYÈ a gen yon kont pou regle ak tout nasyon yo. Li va antre nan jijman ak tout chè yo. Pou mechan yo, li va livre yo a nepe,’” deklare SENYÈ a.
JER 25:32 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, mal la va sòti vin parèt de nasyon a nasyon, e yon gwo tanpèt va tòde jis rive nan pwent pi lwen de mond lan.
JER 25:33 Sila ki touye pa SENYÈ yo nan jou sa a va soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt la. Yo p ap kriye pou yo, vin ranmase yo, ni antere. Yo va tankou fimye bèt sou sifas latè.
JER 25:34 Kriye fò, nou menm k ap fè bèje yo; rele anmwey! Woule kò nou nan sann, nou menm ki mèt a bann mouton yo; paske jou a masak nou yo ak egzil la fin rive, e nou va tonbe kon veso pi chwazi a.
JER 25:35 Sove ale p ap posib pou bèje yo. Mèt bann mouton yo p ap chape.
JER 25:36 Tande kri a bèje yo, ak plent a mèt bann mouton yo. Konsa, SENYÈ a ap detwi patiraj yo,
JER 25:37 Epi pak mouton lapè yo tonbe an silans, akoz gwo kòlè SENYÈ a.”
JER 25:38 Li soti nan kote kachèt Li yo kon lyon an, paske peyi yo te devni yon gwo laperèz akoz gwo vyolans nepe k ap oprime, e akoz gwo raj a kòlè Li.
JER 26:1 Nan kòmansman règn a wa Jojakim nan, fis a Josias la, wa a Juda a, pawòl sa a te sòti nan SENYÈ a:
JER 26:2 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Pa manke menm yon mo!
JER 26:3 Petèt yo va koute e tout moun va vire kite pwòp wout mechan pa yo, pou M ta kapab repanti de malè ke M planifye pou fè rive yo, akoz mechanste a zak yo.’”
JER 26:4 Men sa ou va di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si nou refize koute Mwen, pou mache nan lalwa ke M te mete devan nou an,
JER 26:5 pou koute pawòl a sèvitè Mwen yo, pwofèt ke M te voye a nou menm tout tan, tout tan yo,—men nou pa t koute—
JER 26:6 konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”
JER 26:7 Prèt yo, pwofèt yo ak tout pèp la te tande Jérémie pale pawòl sa yo lakay SENYÈ a.
JER 26:8 Lè Jérémie te fin pale tout sa ke SENYÈ a te kòmande pale a tout pèp la, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la te sezi li. Yo te di: “Fòk ou mouri!
JER 26:9 Poukisa ou te pwofetize nan non SENYÈ a e te di: ‘Kay sa a va tankou Silo e vil sa a va vin dezète, san moun?’” Konsa, tout pèp la te rasanble antoure Jérémie lakay SENYÈ a.
JER 26:10 Lè ofisye a Juda yo te tande bagay sa yo, yo te vin monte soti lakay a wa a pou rive lakay SENYÈ a, e yo te chita nan antre Pòtay Nèf lakay SENYÈ a.
JER 26:11 Epi prèt yo ak pwofèt yo te pale ak ofisye yo ak tout pèp la e te di: “Nonm sa a merite mouri! Li te pwofetize kont vil sila a, jan nou te koute ak pwòp tande nou an.”
JER 26:12 Konsa, Jérémie te pale ak tout ofisye yo ak tout pèp la. Li te di: “SENYÈ a te voye mwen pou pwofetize kont tout kay sila a, tout pawòl ke nou te tande yo.
JER 26:13 Alò, pou sa, korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e obeyi a vwa SENYÈ a, Bondye nou an; epi SENYÈ a va chanje lide sou malè ke Li te pwononse kont nou an.
JER 26:14 Men pou mwen menm, se nan men nou mwen ye. Fè sa nou pito avè m jan nou wè li bon nan zye nou an.
JER 26:15 Sèlman, konnen byen ke si nou mete m a lanmò, nou va mennen san inosan vin tonbe sou nou menm, sou vil sa a, ak tout moun ki rete ladann; paske anverite, SENYÈ a te voye mwen kote nou pou pale tout pawòl sa yo nan zòrèy nou.”
JER 26:16 Epi ofisye yo ak tout pèp la te di a prèt yo e a pwofèt yo: “Nou p ap pase lòd lanmò pou nonm sa a, paske li te pale nou nan non SENYÈ a, Bondye nou an.”
JER 26:17 Epi kèk nan ansyen peyi a te leve e te pale a tout asanble a pèp la. Yo te di:
JER 26:18 “Michée, moun Moréscheth la, te pwofetize nan tan Ézéchias, wa Juda a. Li te pale a tout pèp Juda a e te di: ‘Konsa SENYÈ dèzame yo te pale: “Sion va raboure kon yon chan, Jérusalem va vin yon pil mazi e mòn kay la kon pwent ki piwo nan yon forè.”
JER 26:19 “‘Èske Ézéchias, wa Juda a, ak tout Juda te mete l a lanmò? Èske li pa t gen lakrent SENYÈ a, chache favè SENYÈ a, e SENYÈ a te chanje lide Li sou malè ke li te pwononse kont yo a? Men nou ap komèt yon gwo mal kont pwòp tèt pa nou.’”
JER 26:20 Anverite, te gen yon nonm ki te pwofetize nan non SENYÈ a, Urie, fis a Schemaeja a, a Kirjath-Jearim. Li te pwofetize kont vil sa a e kont peyi sa a, pawòl parèy a tout sa a Jérémie yo.
JER 26:21 Lè wa Jojakim ak tout mesye pwisan pa li yo ak tout ofisye yo te tande pawòl li yo, alò, wa a te eseye mete l a lanmò. Men Urie te tande. Li te krent e li te sove ale rive an Égypte.
JER 26:22 Konsa, wa Jojakim te voye mesye li yo an Égypte: Elnathan, fis a Acbor a e kèk lòt mesye avèk li te ale antre an Égypte.
JER 26:23 Epi yo te mennen Urie soti an Égypte, te fè l rive kote wa Jojakim ki te touye l ak yon nepe e te jete kadav li nan simityè endijan yo.
JER 26:24 Men, men Achikam la, fis a Schaphan an, te avèk Jérémie, ki te fè l pa rive nan men a pèp la pou mete l a lanmò.
JER 27:1 Nan kòmansman règn wa Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a, epi te di,
JER 27:2 Konsa SENYÈ a pale ak mwen: “Fè pou kont ou lyen ak jouk e mete yo sou kou ou.
JER 27:3 Epi voye pawòl kote wa Edom an, wa Moab la, wa a fis Ammon yo, wa Tyre la e wa a Sidon an pa mesaje ki vini Jérusalem kote Sédécias, wa Juda a.
JER 27:4 Kòmande yo ale kote mèt pa yo e di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa nou va di a mèt nou yo,
JER 27:5 “Mwen te fè latè, lèzòm ak bèt ki sou sifas latè yo pa gran pouvwa Mwen ak men M lonje, e Mwen va bay li a sila ki fè M plezi nan zye mwen.
JER 27:6 Koulye a, Mwen te bay tout peyi sila yo nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone, sèvitè Mwen an e Mwen te bay li, anplis, bèt sovaj chan yo pou sèvi li.
JER 27:7 Tout nasyon yo va sèvi li e fis li ak gran fis li jis rive nan lè pwòp peyi li vini. Nan moman sa a, anpil nasyon ak anpil wa va fè li vin sèvitè yo.”’”
JER 27:8 “Li va rive ke nasyon oswa wayòm ki refize sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e ki pa mete kou li anba jouk a wa Babylone nan, Mwen va pini nasyon sa a ak nepe a, ak gwo grangou e ak envazyon ensèk k ap ravaje tout chan yo,” deklare SENYÈ a: “jiskaske Mwen fin detwi nasyon sa a pa men li.
JER 27:9 “Men pou nou menm, pa koute pwofèt nou yo, divinò nou yo, moun ki fè rèv yo, moun k ap devine yo, ni sila ki fè wanga yo, k ap di: ‘Nou p ap sèvi wa Babylone nan’.
JER 27:10 Paske pwofesi pa yo se manti y ap bannou pou yo deplase nou ale lwen peyi nou, pou fè M ta pouse bourade nou deyò e nou va peri.
JER 27:11 Men nasyon an ki bese kou li anba jouk wa Babylone nan e ki sèvi li, Mwen va kite li nan peyi li,” deklare SENYÈ a. “Konsa, yo va travay tè a pou viv ladann.”
JER 27:12 Mwen te pale pawòl tankou sila yo a Sédécias, wa Juda a. Mwen te di l: “Mennen kou nou anba jouk a wa Babylone nan pou sèvi li ak pèp li a, e viv!
JER 27:13 Poukisa nou va mouri, nou menm avèk pèp nou an, pa nepe, gwo grangou, ak ravaj bèt ki manje tout chan yo, kon SENYÈ a te pale a nasyon sa a ki refize sèvi wa Babylone nan?
JER 27:14 Konsa, pa koute pawòl a pwofèt k ap pale ak nou, k ap di: ‘Nou p ap oblije sèvi wa Babylone nan,’ paske y ap fè pwofesi manti a nou menm.
JER 27:15 Paske Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a: “Yo fè fo pwofesi nan non Mwen, pou m ka pouse bourade nou deyò pou nou ka peri, nou menm ak pwofèt ki fè pwofesi sa yo bannou yo.”
JER 27:16 Apre, mwen te pale ak prèt yo e a tout pèp sa a. Mwen te di: “Konsa pale SENYÈ a: Pa koute pawòl a pwofèt nou yo ki fè pwofesi bannou ki di: ‘Gade byen, veso lakay SENYÈ yo va retounen rapid soti Babylone;’ paske yo fè pwofesi manti bannou.
JER 27:17 Pa koute yo. Sèvi wa Babylone nan e viv! Poukisa vil sa a ta dwe detwi nèt?
JER 27:18 Men si se pwofèt yo ye, e si pawòl SENYÈ a avèk yo, kite yo koulye a fè demann a SENYÈ dèzame yo, pou veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo pa ale Babylone.
JER 27:19 Paske se konsa pale SENYÈ dèzame yo konsènan pilye yo, konsènan lanmè a, konsènan baz yo e konsènan tout lòt veso ki rete nan vil sa a,
JER 27:20 ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pa t pran lè l te pote Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, te fè sòti Jérusalem pou rive Babylone, ak tout gwo moun Juda ak Jérusalem yo.
JER 27:21 Wi, se konsa SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, te pale konsènan veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo,
JER 27:22 ‘Yo va pote rive Babylone e yo va la jis rive jou ke m vizite yo a,’ deklare SENYÈ a. ‘Apre, Mwen va mennen yo retounen e restore yo nan plas sa a.’”
JER 28:1 Alò, nan menm ane a, nan kòmansman règn a Sédécias, wa Juda a, nan katriyèm ane, nan senkyèm mwa Hanania, fis a Azzur a, pwofèt ki te sòti nan Gabaon an, te pale ak mwen lakay SENYÈ a, nan prezans a prèt yo e a tout pèp yo. Li te di:
JER 28:2 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, ‘Mwen te kase jouk wa Babylone nan.
JER 28:3 Pandan dezan Mwen va fè rive nan plas sa a, tout veso lakay SENYÈ yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran fè sòti nan plas sa a pou te pote Babylone yo.
JER 28:4 Anplis, Mwen va mennen fè retounen nan plas sa a, Jeconia, fis a Jojakim nan, wa a Juda a ak tout egzile Juda ki te ale Babylone yo,’ deklare SENYÈ a, ‘paske Mwen va kraze fado a wa a Babylone nan.’”
JER 28:5 Answit pwofèt Jérémie te pale ak pwofèt Hanania nan prezans a prèt yo, e nan prezans a tout moun ki te kanpe lakay SENYÈ yo,
JER 28:6 epi pwofèt Jérémie te di: “Amen! Ke SENYÈ a fè l konsa. Ke SENYÈ a kapab konfime pawòl ke ou te pale yo, pou fè mennen retounen veso lakay SENYÈ yo, e tout moun ki ekzile yo, sòti Babylone pou antre nan plas sa a.
JER 28:7 Malgre sa, tande pawòl sa a ke m prèt pou pale nan tande pa w ak tande a tout pèp la!
JER 28:8 Pwofèt ki te avan mwen yo, e avan ou depi nan tan ansyen an, te pwofetize kont anpil peyi e kont gwo wayòm, pou lagè, pou kalamite ak envazyon ensèk ki ta ravaje peyi yo.
JER 28:9 Pwofèt ki te pwofetize lapè a, lè pwofesi sa a vin rive; alò, pwofèt sa a va vin rekonèt kon yon pwofèt ke SENYÈ te vrèman voye.”
JER 28:10 Alò Hanania, pwofèt la, te retire jouk la sou kou Jérémie e te kraze li.
JER 28:11 Hanania te pale nan prezans a tout pèp la e te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Menm konsa, avan dezan, Mwen va kraze jouk Nebucadnetsar, wa Babylone nan, fè l sòti sou kou a tout nasyon yo.’” Alò, pwofèt Jérémie te al fè wout li.
JER 28:12 Pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè Hanania te fin kraze jouk la sou kou pwofèt Jérémie an. Li te di:
JER 28:13 “Ale pale ak Hanania e di: ‘Konsa pale SENYÈ a, “Ou te kraze jouk ki fèt an bwa yo, men ou fè rive olye de yo, jouk yo ki fèt an fè.”
JER 28:14 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Mwen te mete yon jouk fèt an fè sou kou a tout nasyon sila yo, pou yo ka sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan; epi yo va sèvi li. Anplis, Mwen te bay li bèt chan yo.”’”
JER 28:15 Epi Jérémie, pwofèt la, te di a Hanania, pwofèt la: “Koute koulye a, Hanania, SENYÈ a pa t voye ou e ou te fè pèp sa a kwè nan yon manti.
JER 28:16 Pou sa, se konsa SENYÈ a pale: ‘Gade byen, Mwen prèt pou retire ou sou sifas tè a. Ane sa a, ou va mouri, akoz ou te konseye rebelyon kont SENYÈ a.’”
JER 28:17 Se konsa Hanania, pwofèt la, te mouri nan menm ane sa a nan setyèm mwa a.
JER 29:1 Alò, sila yo se pawòl a lèt ke Jérémie, pwofèt la, te voye soti Jérusalem bay lòt ansyen an egzil yo, ansanm ak prèt yo, pwofèt yo ak tout moun ke Nebucadnetsar te pran pou fè antre an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo,
JER 29:2 ( lè Wa Jeconia ak manman rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.)
JER 29:3 Lèt la te voye pa men Éleasa, fis a Schaphan ak Guemaria a, fis a Hilkija a, ke Sédécias, fis wa Juda a, te voye Babylone kote wa Nebucadnetsar. Li te di:
JER 29:4 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, a tout egzile ke m te voye an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo:
JER 29:5 “Bati kay e viv nan yo. Plante jaden e manje pwodwi yo.
JER 29:6 Pran madanm e vin papa a fis ak fi. Pran madanm pou fis nou yo e bay a fi nou yo mari yo, epi vin miltipliye la e pa diminye.
JER 29:7 Chache bonè a peyi sa a kote Mwen te voye nou an egzil la, e priye a SENYÈ a pou li; paske nan bonè pa li, ou va jwenn bonè.”
JER 29:8 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Pa kite pwofèt ki rete nan mitan nou yo ak divinò nou yo twonpe nou, ni pa koute rèv ke yo fè.
JER 29:9 Paske yo fè fo pwofesi bannou nan non Mwen. Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a.
JER 29:10 Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou, e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a.
JER 29:11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.
JER 29:12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou.
JER 29:13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou.
JER 29:14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”
JER 29:15 Akoz nou te di: “SENYÈ a te fè leve pwofèt yo pou nou Babylone”—
JER 29:16 Pou sa, pale SENYÈ a konsènan wa ki chita sou twòn David la, e konsènan tout moun ki rete nan vil sa yo, frè nou yo ki pa t antre ak nou an egzil yo—
JER 29:17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen ap voye sou yo nepe ak gwo grangou, ensèk ak maladi pou ravaje chan yo, Mwen va fè yo tankou fig etranje ki louvri pete fann, e ki pa ka manje akoz yo pouri nèt.
JER 29:18 Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo. Mwen va fè yo jete ale retou pami tout wayòm latè yo, pou yo kapab vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo,
JER 29:19 akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo,” deklare SENYÈ a: “ke Mwen te voye bay yo ankò e ankò pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Men nou pa t koute”, deklare SENYÈ a.
JER 29:20 Pou sa, nou menm, koute pawòl SENYÈ a, nou menm ki ekzile yo, ke M te voye ale kite Jérusalem pou rive Babylone yo.
JER 29:21 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsènan Achab, fis a Kolaja a, e konsènan Sédécias, fis a Maaséja a, k ap fè fo pwofesi bannou nan non Mwen, ‘Gade Byen, Mwen va livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan e li va touye yo devan zye nou.
JER 29:22 Akoz yo menm, yon madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a,
JER 29:23 akoz yo te aji ak foli an Israël. Yo te komèt adiltè ak madanm a vwazen yo, e yo te pale manti nan non Mwen, ke M pa t janm kòmande yo fè. Mwen se Sila ki konnen, e Mwen se temwen,” deklare SENYÈ a.’”
JER 29:24 A Schemaeja, Nechelamit lan, ou va di:
JER 29:25 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te voye lèt nan pwòp non pa w a tout pèp Jérusalem nan, a Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, epi a tout prèt yo, epi di:
JER 29:26 “SENYÈ a te fè nou prèt olye Johojada, prèt la, pou vin chèf lakay SENYÈ a sou chak moun fou ki pwofetize, pou mete li nan sèp ak nan kolye an fè.
JER 29:27 Alò, konsa, poukisa ou pa t repwoche Jérémie a Anathoth ki fè pwòp tèt li pwofèt ou menm nan?
JER 29:28 Paske, li te voye nou Babylone e li te di: Egzil la va byen long. Bati kay pou viv. Plante jaden pou manje pwodwi yo.”’”
JER 29:29 Sophonie, prèt la, te li lèt sa a bay Jérémie, pwofèt la.
JER 29:30 Epi pawòl a SENYÈ a te vini a Jérémie ki te di:
JER 29:31 “Voye kote tout egzile yo e di: ‘Konsa pale SENYÈ a konsènan Schemaeja, Nechelamit lan: “Akoz Schemaeja te pwofetize a nou menm, malgre Mwen pa t voye l e li te fè nou kwè nan yon manti,”
JER 29:32 Akoz sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou pini Schemaeja, Nechelamit lan, ak desandan li yo. Li p ap gen pèsòn k ap viv pami pèp sa a, ni li p ap wè bonte ke Mwen prèt pou fè pou pèp Mwen an,” deklare SENYÈ a: “akoz li te preche rebelyon kont SENYÈ a.”’”
JER 30:1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di:
JER 30:2 “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv.
JER 30:3 Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’”
JER 30:4 Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda:
JER 30:5 Paske konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande son a yon gwo laperèz, a yon gwo krent; pa gen lapè.
JER 30:6 Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit. Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo, konsi se fanm k ap fè pitit? Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?
JER 30:7 Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li. Li se lè a gwo doulè Jacob la; men li va sove de li.
JER 30:8 “Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo: ke Mwen va kraze jouk li a soti sou kou nou. Mwen va chire kòd yo, e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.
JER 30:9 Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a e David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.
JER 30:10 Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a: “Epi pa pèdi kouraj, O Israël; paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen, Li va kalm, alèz, e nanpwen moun k ap fè l pè.
JER 30:11 Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
JER 30:12 Paske konsa pale SENYÈ a: “Blesi ou yo pa kab geri, e kondisyon ou byen grav.
JER 30:13 Nanpwen moun ki pou plede koz ou; pa gen gerizon pou maleng nan, ni ou p ap ka refè.
JER 30:14 Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou, yo pa chache ou; paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi, ak pinisyon a yon moun ki mechan, akoz inikite ou gran e peche ou anpil.
JER 30:15 Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo? Doulè ou a pa gen gerizon. Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil, Mwen te fè ou sa a.
JER 30:16 Akoz sa, tout sila ki devore ou yo va vin devore; epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite. Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm, e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo, va vin viktim yo menm.
JER 30:17 Paske M ap fè ou reprann lasante, e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a: “Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di: ‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladann.’”
JER 30:18 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo, e gen konpasyon pou lakay li yo; vil la va rebati sou ranblè li yo e palè a va kanpe nan pwòp plas li.
JER 30:19 Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo. Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye; anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize;
JER 30:20 Pitit pa yo tou va tankou oparavan, e kongregasyon yo va etabli devan M. Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.
JER 30:21 Chèf pa yo va youn nan yo, e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo. Mwen va mennen li toupre, e li va vin toupre Mwen; paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.
JER 30:22 “Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.”
JER 30:23 Gade byen, tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt, yon tanpèt k ap ravaje; li va eklate sou tèt a mechan yo.
JER 30:24 Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè, jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li. Nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”
JER 31:1 “Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “Mwen va vin Bondye a tout fanmi Israël yo, e yo va vin pèp Mwen.”
JER 31:2 Konsa pale SENYÈ a: “Pèp ki te chape de nepe a, te jwenn gras nan dezè a— Israël la menm, lè M te bay li repo li.”
JER 31:3 SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di: “Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini. Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.
JER 31:4 Yon lòt fwa ankò, Mwen va bati ou, e ou va vin rebati, O vyèj Israël la! Yon lòt fwa, ou va reprann tanbouren ou yo. Ou va vin parèt nan dans a sila k ap fete yo.
JER 31:5 Yon lòt fwa, ou va plante chan rezen yo sou kolin Samarie yo. Plantè yo va plante e yo va kontan ak fwi li.
JER 31:6 Paske jou a va rive lè gadyen sou kolin Éphraïm yo va kriye fò: ‘Annou leve! Annou monte Sion, kote SENYÈ a, Bondye nou an.’”
JER 31:7 Paske konsa pale SENYÈ a: “Chante anlè ak kè kontan pou Jacob, e kriye fò pami chèf nasyon yo. Pwoklame, bay lwanj epi di: ‘O SENYÈ sove pèp Ou a, retay Israël la!’
JER 31:8 Gade byen, Mwen ap mennen yo sòti nan peyi nò a, e Mwen va ranmase yo soti nan pati pi lwen latè a. Pami yo, avèg ak bwate yo, fanm lan ak pitit li, ak sila ki gen doulè tranche ansanm. Yon gran konpanyen, yo va retounen isit la.
JER 31:9 Ak dlo nan zye, yo va vini. Ak siplikasyon, Mwen va mennen yo; Mwen va fè yo mache akote sous dlo yo, sou yon chemen dwat kote yo p ap tonbe a; paske Mwen se yon Papa pou Israël. Éphraïm se premye ne Mwen.”
JER 31:10 “Tande pawòl SENYÈ a, O nasyon yo! E deklare nan peyi kot byen lwen yo, epi di: ‘Sila ki te gaye Israël la, va ranmase li, e kenbe li kon yon bèje k ap gade bann mouton li.’
JER 31:11 Paske SENYÈ a te rachte Jacob. Li te rachte l soti nan men a sila ki te pi fò pase l.
JER 31:12 Yo va vin kriye fò ak lajwa sou wotè a Sion yo, e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a, sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a. Nanm yo va tankou yon jaden wouze. Yo p ap janm soufri tristès ankò.
JER 31:13 Epi vyèj la va rejwi nan dans lan, ansanm ak jennonm yo ak ansyen yo; paske Mwen va fè tristès yo vin tounen lajwa. Mwen va rekonfòte yo, e bay yo kè kontan pou ranplase tristès yo.
JER 31:14 Mwen va ranpli nanm a prèt yo ak abondans, e pèp Mwen an va satisfè ak bonte Mwen,” deklare SENYÈ a.
JER 31:15 Konsa pale SENYÈ a, “Yon vwa vin tande nan Rama, lamantasyon yo ak gwo kriye dlo k ap sòti nan zye yo. Rachel ap kriye pou pitit li yo. Li refize rekonfòte pou pitit li yo, akoz yo pa la ankò.”
JER 31:16 Konsa pale SENYÈ a: “Anpeche vwa ou k ap kriye, ak zye ou ap fè dlo; paske travay ou va vin rekonpanse,” deklare SENYÈ a: “Yo va retounen sòti nan peyi ènmi an.
JER 31:17 Gen espwa davni pou ou,” deklare SENYÈ a: “Pitit ou yo va retounen nan peyi pa yo.
JER 31:18 “Anverite, Mwen te tande Éphraïm ap kriye ak doulè: ‘Ou te fè m sibi chatiman. Mwen te sibi chatiman tankou yon jenn bèf ki poko fin donte. Mennen m pou m ka restore, paske se Ou menm ki SENYÈ a, Bondye mwen an.
JER 31:19 Paske lè m te retounen, mwen te repanti. Epi apre mwen te enstwi. Mwen te frape pwòp kwis mwen. Mwen te vin wont e twouble menm; paske mwen te pote repwòch jenès mwen.’
JER 31:20 Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.
JER 31:21 “Plase pou ou menm ransèyman chemen yo; mete pou kont ou poto k ap dirije. Konsantre tout panse ou sou direksyon gran chemen an, wout sou sila ou te ale a. Retounen, O vyèj Israël; retounen kote vil sila yo, vil pa w yo.
JER 31:22 Pou konbyen de tan ou va fè ale retou, O fi ki enfidèl? Paske SENYÈ a te fè yon bagay nèf sou latè: yon fanm va antoure yon nonm.”
JER 31:23 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Yon fwa ankò, yo va pale pawòl sa a nan peyi Juda ak nan vil li yo lè M fin restore bonè li: ‘Ke SENYÈ a beni ou, O kay ladwati a, O mòn sen an!’
JER 31:24 Juda ak tout vil li yo va demere ansanm ladann, kiltivatè a ak sila k ap deplase ak bann mouton li yo.
JER 31:25 Paske Mwen rafrechi chak nanm ki fatige ak tout moun ki pèdi fòs yo.”
JER 31:26 Nan moman sa a, mwen te reveye nan dòmi, e mwen te gade; dòmi an te tèlman dous pou mwen.
JER 31:27 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè M va plante lakay Israël ak lakay Juda avèk semans a lòm e avèk semans a bèt.
JER 31:28 Konsi Mwen te veye sou yo pou rache yo, pou kraze yo, pou boulvèse yo, pou detwi yo, e pou mennen gwo dezas; se konsa mwen va veye sou yo pou bati e pou plante,” deklare SENYÈ a.
JER 31:29 “Nan jou sa yo, yo p ap di ankò: ‘Papa yo te manje rezen si, e dan timoun yo vin kanpe apik.’
JER 31:30 Men chak moun va mouri akoz pwòp inikite pa li. Chak moun ki manje rezen si yo, se pwòp dan pa l k ap vin kanpe apik.
JER 31:31 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda,
JER 31:32 pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a.
JER 31:33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: “Mwen va mete lalwa M anndan yo e sou kè yo Mwen va ekri l; epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.
JER 31:34 “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li, e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’ paske yo tout va konnen Mwen, soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen va padone inikite yo, e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
JER 31:35 SENYÈ a ki bay solèy kon limyè nan lajounen e ki etabli lòd pou lalin ak zetwal yo pou bay limyè nan aswè, ki boulvèse lanmè a jis lanm li gwonde— SENYÈ dèzame yo se non Li, k ap di:
JER 31:36 “Si lòd sa a vin deregle devan M, deklare SENYÈ a: “Alò desandan Israël yo osi va sispann kon yon nasyon devan M, jis pou tout tan.”
JER 31:37 Konsa pale SENYÈ a: “Si syèl anwo yo ka mezire, e fondasyon tè yo ka kontwole pa anba; alò, Mwen va osi jete tout desandan Israël yo nèt pou tout sa yo te fè yo,” deklare SENYÈ a.
JER 31:38 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “Lè vil la va rebati pou SENYÈ a, soti nan fò Hananeel la jis rive nan Pòtay Kwen an.
JER 31:39 Konsa lign mezi a va kontinye ale tou dwat jis rive nan kolin Gareb, epi li va vire Goath.
JER 31:40 “Konsa tout vale kadav yo ak sann yo, e tout chan yo jis rive nan flèv Cédron nan, pou rive nan kwen Pòtay Cheval la, vè lès, va sen a SENYÈ a. Konsa, li p ap rache retire, ni jete ba ankò, jis pou tout tan.”
JER 32:1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, nan dizyèm ane Sédécias, wa Juda a, ki te nan dizuityèm ane a Nebucadnetsar.
JER 32:2 Alò, nan lè sa a, lame a wa Babylone nan t ap fè syèj sou Jérusalem, e Jérémie, pwofèt la, te fèmen nan lakou gad ki te lakay wa a Juda a.
JER 32:3 Akoz Sédécias, wa Juda a te mete li nan prizon e te di: “Poukisa ou pwofetize konsa pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou bay vil sa a nan men a Wa Babylone nan e li va pran l;
JER 32:4 epi Sédécias, wa Juda a p ap chape nan men a Kaldeyen yo, men anverite, li va livre bay nan men wa Babylone nan. Li va pale ak li fasafas e va wè li zye nan zye.
JER 32:5 Epi konsa, li va pran Sédécias fè l rive Babylone e li va la jiskaske Mwen vizite li,” deklare SENYÈ a. “Malgre nou goumen kont Kaldeyen yo, nou p ap reyisi.”’”
JER 32:6 Jérémie te reponn: “Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
JER 32:7 Gade byen, Hanameel, fis a Schallum nan, tonton ou, ap vin kote ou, e li va di: ‘Achte pou ou menm chan mwen ki nan Anathoth, paske se ou menm ki gen dwa redanmsyon pou achte l.’”
JER 32:8 “Konsa, Hanameel, fis a tonton m nan, te vin kote mwen nan lakou gad la selon pawòl SENYÈ a. Li te di mwen: ‘Achte chan mwen an, souple, ki Anathoth, nan peyi Benjamin an; paske ou gen dwa posede l e redanmsyon an se pou ou. Achte l pou ou menm.’ “Epi mwen te konnen ke sa se te pawòl SENYÈ a.
JER 32:9 Mwen te achte chan ki te Anathoth la nan men Hanameel, fis a tonton m nan e mwen te peze ajan bay pou li, disèt sik ajan.
JER 32:10 Mwen te siyen e mete so sou papye tè a, te rele temwen, e te peze ajan sou balans pou bay.
JER 32:11 Alò, mwen te pran papye vant lan, ansanm ak kopi ki te fèmen anba so a, tout tèm ak kondisyon vant yo, ak kopi a ouvri.
JER 32:12 Epi mwen te bay papye vant lan bay Baruc, fis a Nérija a, fis a Macheséja a, devan zye a Hanameel, fis a tonton m nan, e devan zye a temwen ki te siyen papye vant lan, devan tout Jwif ki te chita nan lakou gad yo.
JER 32:13 “Epi mwen te kòmande Baruc nan prezans yo, e mwen te di:
JER 32:14 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël a: ‘Pran papye tè sila yo, zak vant sa a ki fèmen ak so, ansanm ak zak vant sa a ki ouvri, e mete yo nan yon veso fèt ak ajil, pou yo ka dire pou anpil tan.’
JER 32:15 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Kay yo, jaden yo ak chan rezen yo ap vin achte ankò nan peyi sa a.’
JER 32:16 “Lè mwen te fin bay papye tè a a Baruc, fis a Nérija a; alò, mwen te priye a SENYÈ a, e te di:
JER 32:17 ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,
JER 32:18 Ou menm ki montre lanmou dous a dè milye, men rekonpanse inikite a papa yo nan sen a jenerasyon k ap swiv yo. Gran e pwisan Bondye, SENYÈ dèzame yo se non Li.
JER 32:19 Gran an konsèy e pwisan an zèv, ki gen zye ki ouvri nan tout chemen a fis a lòm yo, ki rekonpanse tout moun selon chemen li, e selon fwi a zèv li;
JER 32:20 ki te opere sign ak mèvèy nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sa a, an Israël e pami tout imanite; epi Ou te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye jodi a.
JER 32:21 Ou te mennen pèp Ou a, Israël sòti nan peyi Égypte ak sign ak mèvèy, avèk yon men pwisan, yon bra lonje e avèk gwo laperèz.
JER 32:22 Epi Ou te bay yo peyi sa a, ke Ou te sèmante a papa zansèt yo pou bay yo, yon peyi k ap koule ak lèt ak siwo myèl.
JER 32:23 Yo te antre e te pran posesyon li, men yo pa t obeyi a vwa Ou, ni mache nan lalwa Ou. Yo pa t fè anyen nan tout sa Ou te kòmande yo fè yo. Pou sa, Ou fè tout malè sa a rive sou yo.
JER 32:24 “Gade byen, men balkon tè syèj yo fin rive kote vil la pou pran l. Epi vil la fin bay nan men a Kaldeyen ki goumen kont li yo, akoz nepe, ak gwo grangou, avèk ensèk ak maladi ki devaste. Konsa, sa Ou te pale a fin rive. Gade byen, Ou wè l.
JER 32:25 Ou te di mwen, O Senyè BONDYE, ‘Achte pou ou menm chan an ak lajan; rele temwen yo’ —malgre vil la fin bay nan men a Kaldeyen yo.”
JER 32:26 Konsa, pawòl SENYÈ a te rive a Jérémie. Li te di:
JER 32:27 “Gade byen, Mwen se SENYÈ a, Bondye a tout chè yo. Èske gen bagay twò difisil pou Mwen?
JER 32:28 Pou sa, pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou bay vil sa a nan men a Kaldeyen yo, e nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e li va pran l.
JER 32:29 Kaldeyen k ap goumen kont vil sa yo va antre mete dife nan tout vil sa a, e brile li, ak kay kote te gen ofrann lansan a Baal sou twati yo, e yo te vide ofrann bwason yo a lòt dye pou fè M fache.’”
JER 32:30 “Anverite, fis Israël yo ak fis Juda yo t ap fè sèlman sa ki mal devan zye M soti nan jenès yo; paske fis a Israël yo te pwovoke M sèlman a lakòlè ak zèv men yo”, deklare SENYÈ a.
JER 32:31 “Anverite, vil sa a te atire kòlè M ak raj Mwen an soti nan jou ke yo te bati li a, menm rive nan jou sa a, pou sa ta dwe retire devan figi Mwen,
JER 32:32 akoz tout mechanste ke fis Israël yo ak fis Juda yo te fè, pou yo ta pwovoke Mwen a lakòlè—yo menm, wa yo, chèf yo, prèt yo, pwofèt yo, mesye a Juda yo, ak tout moun ki rete Jérusalem yo.
JER 32:33 Yo te vire do ban Mwen olye figi yo. Malgre enstriksyon ke Mwen te bay yo ankò e ankò, men yo pa t ap koute M pou resevwa lenstriksyon an.
JER 32:34 Men yo te mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non pa M nan, pou souye l.
JER 32:35 Yo te bati wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom nan, pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”
JER 32:36 Alò, pou sa, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, konsènan vil sa a ke ou te di: “Li te livre nan men a wa a Babylone nan pa nepe, pa gwo grangou, e pa gwo epidemi.”
JER 32:37 “Gade byen, Mwen va ranmase yo soti nan tout peyi kote Mwen te pouse bourade yo, ale nan kòlè ak raj Mwen an, ak gran endiyasyon Mwen an; epi Mwen va mennen yo retounen nan plas sa a. Epi la, Mwen va fè yo rete anpè.
JER 32:38 Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo;
JER 32:39 Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo.
JER 32:40 Mwen va fè yon akò k ap pou tout tan nèt avèk yo, ke Mwen p ap vire kite yo, pou fè yo byen. Konsa Mwen va mete lakrent Mwen anndan kè yo pou yo pa vire kite Mwen.
JER 32:41 Mwen va rejwi de yo pou fè byen pou yo. E Mwen va, ak fidelite, plante yo nan peyi sa a, ak tout kè Mwen e ak tout nanm Mwen.”
JER 32:42 Paske SENYÈ a di, “Menm jan ke M te mennen tout gwo dezas sa a sou pèp sa a, konsa Mwen va mennen sou yo tout bonte ke Mwen ap pwomèt yo.
JER 32:43 Chan yo va vin achte nan peyi sa a kote ou te di: ‘Sa se yon dezolasyon, san moun ni bèt. Li livre nan men a Kaldeyen yo.’
JER 32:44 Mesye yo va achte chan yo pou lajan, siyen, mete so sou papye tè yo, e rele temwen nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo, nan vil a Juda yo, nan vil a peyi kolin yo, nan vil nan ba plèn yo, ak nan vil dezè yo; paske Mwen va ranvèse kaptivite yo,” deklare SENYÈ a.
JER 33:1 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie yon dezyèm fwa, pandan li te toujou nan prizon nan lakou gad la. Li te di:
JER 33:2 “Konsa pale SENYÈ a ki te fè tè a, SENYÈ a ki te fòme li pou etabli li a—SENYÈ a se non Li.
JER 33:3 ‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’
JER 33:4 Paske konsa pale SENYÈ Israël la konsènan kay nan vil sa yo, e konsènan kay a wa a Juda k ap vin kraze pou fè yon ranpa kont balkon tè syèj yo e kont nepe a,
JER 33:5 ‘pandan y ap vini pou goumen kont Kaldeyen yo e pou plen yo ak kadav moun ke M te masakre nan kòlè Mwen ak gwo kòlè Mwen yo, epi Mwen te kache figi M kont vil sa a, akoz tout mechanste yo,
JER 33:6 ‘gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo lapè ak verite an abondans.
JER 33:7 Mwen va restore bonè a Juda ak bonè a Israël, e Mwen va rebati yo jan yo te ye o kòmansman an.
JER 33:8 Mwen va netwaye yo de tout inikite avèk sila yo te peche kont Mwen yo. Mwen va padone tout inikite pa sila yo te peche kont Mwen yo e pa sila yo te fè transgresyon kont Mwen yo.
JER 33:9 Vil sa va pou Mwen yon non lajwa, lwanj ak laglwa devan tout nasyon latè yo, ki va tande afè tout byen ke M fè pou yo. Yo va gen lakrent e tranble akoz tout byen ak tout lapè ke M fè pou li.’”
JER 33:10 Konsa pale SENYÈ a: “Yon fwa ankò yo va tande nan plas sa a, sou sa w ap di a: ‘Sa se yon dezè, san moun e san bèt, sa vle di nan vil a Juda yo ak ri Jérusalem yo, ki dezole, san moun e san pèsòn ni bèt pou rete ladann,’
JER 33:11 vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.
JER 33:12 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Va ankò gen nan plas sa a ki dezè, ki san moun, ni bèt e nan tout vil li yo, yon kote pou bèje k ap okipe bann mouton yo rete.
JER 33:13 Nan vil a peyi kolin yo, nan vil a ba plèn yo, nan vil a dezè yo, nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo e nan vil a Juda yo, bann mouton yo va ankò pase anba men a sila k ap konte yo a,” pale SENYÈ a.
JER 33:14 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va akonpli bon pawòl la Mwen te pale konsènan lakay Israël la ak lakay Juda a.
JER 33:15 “Nan jou sa yo e nan lè sa a, Mwen va fè yon Branch ladwati a David pete vin parèt. Li va egzekite lajistis ak ladwati sou tout latè.
JER 33:16 Nan jou sa yo, Juda va vin sove e Jérusalem va ansekirite. Men non pa sila li va rele a: SENYÈ a se ladwati nou.”
JER 33:17 “Paske, se konsa SENYÈ a pale: ‘David p ap janm manke yon nonm pou chita sou twòn lakay Israël la.
JER 33:18 Konsa, prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete.’”
JER 33:19 Pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie e te di:
JER 33:20 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si ou ka kraze akò Mwen an pou jounen an, e akò Mwen an pou nwit lan, pou jou sa a ak nwit sa a pa rive nan lè deziye yo,
JER 33:21 alò, konsa sèlman,akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo.
JER 33:22 Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’”
JER 33:23 Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di:
JER 33:24 “Pa okipe bagay pèp sa a te pale, lè yo di: ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo.
JER 33:25 Konsa pale SENYÈ a: ‘Si akò Mwen an pou lajounen ak lannwit pa kanpe, epi aranjman ki òdone nan syèl yo pa t fèt pa Mwen menm,
JER 33:26 alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo chèf sou desandan a Abraham, Isaac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’”
JER 34:1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li a, ak tout wayòm latè ki te anba pouvwa l yo ak tout pèp yo, t ap goumen kont Jérusalem e kont tout vil li yo, ki te di:
JER 34:2 Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: “Ale pale a Sédécias, wa Juda a, epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap bay vil sa a pou antre nan men a wa Babylone nan, e li va brile li ak dife.
JER 34:3 Ou p ap chape nan men l, paske anverite, ou va kapte e va livre nan men l. Konsa, zye ou va wè wa Babylone nan. Li va pale avèk ou fasafas. Se nan Babylone ou prale.”’”
JER 34:4 “Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, O Sédécias, wa Juda a. Konsa pale SENYÈ a konsènan ou menm, ‘Ou p ap mouri pa nepe.
JER 34:5 Ou va mouri anpè. Tankou epis yo te brile pou antèman papa zansèt ou yo, ansyen wa ki te avan ou yo, se konsa yo va brile epis pou ou. Yo va fè kri dèy pou ou: “Anmwey mèt nou an”, paske se Mwen ki bay mo sa a’ deklare SENYÈ a.”
JER 34:6 Epi Jérémie te pale tout pawòl sila yo a Sédécias, wa Juda nan Jérusalem
JER 34:7 lè lame a wa Babylone nan te goumen kont Jérusalem e kont tout rès vil Juda yo; konsi, Lakis ak Azéka, paske se sèl yo ki te rete kon vil fòtifye pami vil a Juda yo.
JER 34:8 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a apre Wa Sédécias te fin fè yon antant ak tout moun ki te Jérusalem yo pou libere yo:
JER 34:9 pou chak moun ta bay libète a sèvitè li e chak moun a sèvant li, yon gason Ebre oswa yon fanm Ebre; pou pèsòn pa ta kenbe yo, yon Jwif frè parèy yo, nan esklavaj.
JER 34:10 Epi tout ofisye yo ak tout pèp la te obeyi a sila ki te antre nan akò a, ke chan moun ta libere sèvitè ak sèvant li yo, pou okenn moun pa ta kenbe yo an esklavaj. Yo te obeyi e te bay yo libète.
JER 34:11 Men apre yo te fin vire, yo te reprann sèvitè ak sèvant ke yo te bay libète yo, e te fè yo soumèt ankò nan wòl sèvitè ak sèvant yo.
JER 34:12 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di:
JER 34:13 Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: Mwen te fè yon akò ak papa zansèt nou yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la. Mwen te di:
JER 34:14 Nan fen sèt ane yo, nou chak va libere frè Ebre ki te vann a li menm nan, e ki te sèvi nou pandan sis ane yo. Yo va voye li lib de nou menm. Men papa zansèt nou yo pa t obeyi Mwen, ni pa t panche zòrèy yo kote Mwen.
JER 34:15 Malgre sa, nan tan sa a, nou te vire fè sa ki dwat nan zye M, chak moun te pwoklame libète a vwazen li e nou te fè yon akò avèk Mwen nan kay ki rele pa non Mwen an.
JER 34:16 Men koulye a, nou te vire derespekte non Mwen, chak moun te reprann sèvitè ak sèvant ke nou te libere selon dezi yo, e nou te fè yo vin soumèt pou devni ankò sèvitè ak sèvant nou.
JER 34:17 Akoz sa, pale SENYÈ a: “Nou pa t obeyi Mwen nan pwoklame libète chak mesye a frè li, e chak mesye a vwazen li, gade byen, Mwen ap pwoklame libète pou nou,” deklare SENYÈ a: “pou nepe a, pou envazyon ensèk ak maladi, pou gwo grangou. Konsa, Mwen va fè nou vin yon objè lèd e degoutan pou tout wayòm yo sou latè yo.
JER 34:18 Mwen va bay mesye ki te transgrese akò Mwen yo, ki pa t akonpli pawòl a akò ke yo te fè devan M, lè yo te koupe jenn bèf lan an de mòso pou te pase nan mitan de pati li yo—
JER 34:19 Ofisyèl a Juda yo, ak ofisyèl a Jérusalem yo, ofisye tribinal la e prèt ak tout pèp peyi ki te pase antre de pati jenn bèf la—
JER 34:20 Mwen va livre yo nan men a lènmi yo, e nan men a sila k ap chache pran lavi yo. Epi kadav yo va sèvi kon manje pou zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo.
JER 34:21 “Sédécias, wa Juda a, ak ofisye pa l yo, Mwen va livre yo nan men lènmi pa yo, nan men a sila k ap chache lavi yo ak nan men a lame Babylone ki te ale kite nou an.
JER 34:22 Gade byen, Mwen va pase lòd”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va mennen yo retounen nan vil sa a. Konsa, yo va goumen kont li, pran li e brile li ak dife, epi Mwen va fè lavil Juda yo vin yon kote dezète san moun ki rete ladan yo.”
JER 35:1 Pawòl ki te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a nan jou a Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, te di:
JER 35:2 “Ale lakay Rekabit yo. Pale avèk yo e mennen yo antre lakay SENYÈ a, nan youn nan chanm yo, e bay yo diven pou yo bwè.”
JER 35:3 Konsa, mwen te pran Jaazania, fis a Jérémie an, fis a Habazinia a, frè li yo, tout fis li yo ak tout kay Rekabit yo,
JER 35:4 epi mwen te mennen yo lakay SENYÈ la, nan chanm a fis a Hanan yo, fis a Jigdalia a, nonm Bondye ki te toupre chanm ofisye yo, ki te anwo chanm Maaséja a, fis a Schallum nan, gadyen pòt la.
JER 35:5 Epi mwen te plase devan mesye lakay Rekabit yo, krich plen ak diven ak tas, epi mwen te di yo: “Bwè diven!”
JER 35:6 Men yo te di: “Nou p ap bwè diven, paske Jonadab, fis a Récab la, papa nou, te bannou lòd e te di: ‘Nou p ap bwè diven, ni nou menm, ni fis nou yo jis pou tout tan.
JER 35:7 Nou pa pou bati kay e nou pa pou simen semans, ni plante chan rezen, ni achte youn; men se nan tant nou dwe viv pandan tout jou nou yo, pou nou kapab viv anpil jou nan peyi kote nou demere a.’
JER 35:8 Nou te obeyi a vwa Jonadab, fis a Récab la, papa nou, nan tout sa li te kòmande nou, pou pa bwè diven pandan tout jou nou yo, nou menm, madanm nou, fis nou yo ak fi nou yo,
JER 35:9 ni bati pou nou menm kay pou nou ta viv ladann. Nou pa genyen chan rezen yo, ni chan kiltive, ni semans,
JER 35:10 “Men se sèlman nan tant nou te rete yo. Nou te obeyi e te fè selon tout sa ke Jonadab, papa nou, te kòmande nou yo.
JER 35:11 Men lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont peyi a, nou te di: ‘Vini! Annou ale Jérusalem akoz lakrent lame Kaldeyen yo ak lakrent lame Siryen yo. Konsa, nou va rete Jérusalem.’”
JER 35:12 Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di:
JER 35:13 “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ale di a mesye Juda yo, e a sila k ap viv Jérusalem yo: “Èske nou p ap resevwa lenstriksyon pou koute pawòl Mwen yo?” deklare SENYÈ a.
JER 35:14 “Pawòl a Jonadab, fis a Récab la, ke li te kòmande fis li yo pou pa bwè diven yo, byen obsève. Pou sa, yo pa bwè diven jis rive jou sa a, paske yo te obeyi lòd papa yo. Men Mwen te pale ak nou ankò e ankò, e nou pa t koute Mwen.
JER 35:15 Anplis, Mwen te voye a nou menm tout sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Mwen te voye yo ankò e ankò e yo te di: ‘Vire koulye a chak moun kite move chemen li, korije zèv mechan nou yo, e pa kouri dèyè lòt dye yo pou adore yo. Konsa, nou va demere nan peyi ke M te ba a nou menm e a papa zansèt nou yo;’ men nou pa t enkline zòrèy nou, ni nou pa t koute Mwen.
JER 35:16 Anverite, fis a Jonadab yo, fis a Récab la te swiv lòd a papa yo ak sila li te kòmande yo, men pèp sa a pa t koute Mwen.”’
JER 35:17 “Akoz sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen sou Juda ak sou tout sila ki rete Jérusalem yo, tout dezas ke M te pwononse kont yo, akoz Mwen te pale ak yo, men yo pa t koute, e Mwen te rele yo, men yo pa t reponn.’”
JER 35:18 Epi Jérémie te di a lakay Rekabit yo: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz nou te obeyi lòd a Jonadab, papa nou an, nou te swiv tout lòd li yo, e te fè tout sa ke li te kòmande nou;’
JER 35:19 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Jonadab, fis a Récab la, p ap manke yon nonm ki pou toujou kanpe devan M.’”
JER 36:1 Nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di:
JER 36:2 “Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a.
JER 36:3 Petèt, lakay Juda va tande afè tout malè ke M gen lentansyon fè rive yo, jiskaske tout moun va detounen kite chemen mechan pa yo; epi konsa, Mwen kapab padone inikite ak peche yo.”
JER 36:4 Konsa, Jérémie te rele Baruc, fis a Nérija a, e Baruc te ekri sou yon woulo, selon dikte Jérémie, tout pawòl ke SENYÈ a te pale a li yo.
JER 36:5 Jérémie te kòmande Baruc. Li te di: “Mwen limite. Mwen p ap ka antre lakay SENYÈ a.
JER 36:6 Akoz sa, ou va ale li depi nan woulo ke ou te ekri selon dikte mwen an, pawòl a SENYÈ a. Li l a pèp lakay SENYÈ a nan yon jou jèn. Epi anplis, ou va li yo a tout pèp Juda a lè yo antre sòti nan vil yo.
JER 36:7 Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.”
JER 36:8 Baruc, fis a Nérija a, te fè selon tout sa ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande li yo. Li te li nan woulo pawòl a SENYÈ a, lakay SENYÈ a.
JER 36:9 Alò, nan senkyèm ane Jojakim lan, fis a Josias, wa a Juda a, nan nevyèm mwa a, tout pèp Jérusalem nan ak tout moun ki te antre soti nan vil Jérusalem yo, te pwoklame yon jèn devan SENYÈ a.
JER 36:10 Epi Baruc te li nan woulo pawòl a Jérémie yo lakay SENYÈ a nan chanm a Guemaria, fis Schaphan an, grefye nan tribinal anwo a, nan antre Pòtay Nèf la lakay SENYÈ a, devan tout pèp la.
JER 36:11 Alò, lè Michée, fis a Guemaria, fis a Schaphan an, te tande tout pawòl a SENYÈ a soti nan liv la,
JER 36:12 Li te desann lakay wa a, nan chanm grefye a. Epi gade byen, tout ofisye yo te chita la—-Élischama, grefye a, Delaja, fis a Schemaeja a, Elnathan, fis a Acbor a, Guemaria, fis a Schaphan an e Sédécias, fis a Hanania a, ak tout lòt chèf yo.
JER 36:13 Michée te deklare a yo menm tout pawòl ke li te tande lè Baruc te li soti nan liv a pèp la.
JER 36:14 Epi tout ofisye yo te voye Jehudi, fis a Nethania, fis a Schélémia, fis a Cuschi a, kote Baruc e te di: “Pran nan men ou woulo ke ou te li a pèp la e vini.” Konsa Baruc, fis a Nethania, te pran woulo a nan men l e te ale kote yo.
JER 36:15 Yo te di li: “Chita la, souple e li li bannou.” Konsa, Baruc te li li bay yo.
JER 36:16 Lè yo te tande tout pawòl yo; ak gwo perèz, yo te vire youn vè lòt e yo te di a Baruc: “Anverite, nou va bay rapò tout pawòl sa yo bay wa a.”
JER 36:17 Epi yo te mande Baruc e te di: “Di nou, souple, kijan ou te ekri tout pawòl sa yo? Èske se te selon dikte pa li?”
JER 36:18 Epi Baruc te di yo: “Li te dikte tout pawòl sa yo e mwen te ekri yo ak lank nan liv la.”
JER 36:19 Alò, ofisye yo te di a Baruc: “Ale, kache tèt ou, ou menm ak Jérémie e pa kite pèsòn konnen kote nou ye.”
JER 36:20 Pou sa, yo te ale kote wa a nan lakou a, men yo te depoze woulo a nan chanm Élischama, grefye a, e yo te fè rapò tout pawòl sa yo a wa a.
JER 36:21 Epi wa a te voye Jehudi chache woulo a, e li te retire li nan chanm Élischama, grefye a. Epi Jehudi te li li bay wa a ansanm ak tout ofisye ki te kanpe akote wa a.
JER 36:22 Alò, wa a te chita nan kay sezon livè a, nan nevyèm mwa a, ak dife ki t ap brile nan recho la devan l.
JER 36:23 Lè Jehudi te fin li twa oswa kat pòsyon, wa a te koupe li ak yon kouto e te jete li nan dife ki te nan recho a, jiskaske woulo a te fin manje nèt nan dife ki te nan recho a.
JER 36:24 Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo pa t pè, ni yo pa t chire rad yo.
JER 36:25 Menmsi Elnathan, Delaja ak Guemaria te sipliye wa a pou l pa brile woulo a, li te refize koute yo.
JER 36:26 Epi wa a te kòmande Jerachmeel, fis a wa a, Seraja, fis Azriel e Schélémia, fis a Abdeel, pou sezi Baruc, grefye a ak Jérémie, pwofèt la, men SENYÈ a te kache yo.
JER 36:27 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè wa a te fin brile woulo pawòl ke Baruc te ekri selon dikte Jérémie a e te di:
JER 36:28 “Pran ankò yon lòt woulo e ekri sou li tout menm pawòl ki te ekri sou premye woulo ke Jojakim, wa Juda a, te brile a.
JER 36:29 Epi konsènan Jojakim, wa Juda a, ou va di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Ou te brile woulo sa a e ou te di: ‘Poukisa ou te ekri sou li ke wa Babylone nan va, anverite, vin detwi peyi sa a e va fè ni lòm ni bèt vin disparèt ladann?’”’
JER 36:30 ‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit.
JER 36:31 Anplis, Mwen va pini li ak desandan li yo ak sèvitè pou inikite yo, e Mwen va mennen sou yo ak sila k ap viv Jérusalem yo, ak mesye Juda yo, tout malè ke M te deklare a yo menm yo—men yo pa t koute.”’”
JER 36:32 Epi Jérémie te pran yon lòt woulo. Li te bay li a Baruc, fis a Nérija a, grefye a, epi li te ekri sou li selon dikte a Jérémie, tout pawòl a liv ke Jojakim, wa Juda a te brile nan dife a; epi anpil pawòl parèy a yo te ajoute nan yo.
JER 37:1 Alò, Sédécias, fis a Josias ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè wa nan peyi Juda a, te renye kon wa nan plas a Jeconia, fis a Jojakim nan.
JER 37:2 Men ni li menm, ni sèvitè li yo, ni pèp peyi a te koute pawòl SENYÈ a, ke li te pale pa Jérémie, pwofèt la.
JER 37:3 Men wa Sédécias te voye Jucal, fis a Schélémia a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, kote Jérémie, pwofèt la. Li te di: “Souple, priye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou menm.”
JER 37:4 Alò, Jérémie te toujou ap sikile pami pèp la, paske yo potko mete l nan prizon.
JER 37:5 Antretan, lame Farawon an te gen tan sòti an Égypte; epi lè Kaldeyen ki t ap fè syèj Jérusalem yo te tande rapò de yo a, yo te leve syèj la sou Jérusalem.
JER 37:6 Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie, pwofèt la e te di:
JER 37:7 “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Konsa nou va di a wa Juda a, ki te voye nou kote m pou mande konsèy la: “Gade byen, lame Farawon ki te vin parèt pou bannou asistans lan va retounen nan pwòp peyi li an Égypte.
JER 37:8 Kaldeyen yo va retounen pou goumen kont vil sa a, e yo va pran l pou brile l ak dife.”’”
JER 37:9 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Pa twonpe tèt nou pou nou di: “Kaldeyen yo vrèman va kite nou”, paske vrèman, yo pa prale.
JER 37:10 Paske menm si nou te bat tout lame Kaldeyen ki t ap goumen kont nou yo e te gen sèlman moun blese ki rete pami yo, yo chak nan tant pa yo, yo ta soulve e brile vil sa a ak dife.’”
JER 37:11 Alò, li te vin rive ke lè lame Kaldeyen an te leve syèj Jérusalem nan akoz lame Farawon an,
JER 37:12 ke Jérémie te sòti deyò Jérusalem pou ale nan peyi Benjamin pou l ta ka pran posesyon a yon tèren pami pèp la.
JER 37:13 Pandan li te kote Pòtay Benjamin an, yon kapitèn nan gad la ki te rele Jireija, fis a Schélémia, fis a Hanania a, te la. Li te arete Jérémie, pwofèt la e te di: “W ap vin apiye Kaldeyen yo!”
JER 37:14 Men Jérémie te di: “Manti! Mwen p ap apiye Kaldeyen yo”. Men li te refize koute li. Konsa, Jireija te arete Jérémie e te mennen li kote ofisye yo.
JER 37:15 Ofisye yo te fache ak Jérémie. Yo te bat li e yo te anprizone li lakay Jonathan, grefye a, ke yo te sèvi pou prizon.
JER 37:16 Lè Jérémie te fin rive nan donjon an, sa vle di, yon chanm prizon, li te rete la pandan anpil jou.
JER 37:17 Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?” Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va livre nan men wa a Babylone nan.”
JER 37:18 Anplis, Jérémie te di a Wa Sédécias: “Nan ki fason mwen te peche kont ou an, oswa kont sèvitè ou yo, oswa kont pèp sa a, pou ou te mete m nan prizon an?
JER 37:19 Alò, ki kote pwofèt ki te pwofetize devan ou ye, ki t ap di: ‘Wa Babylone nan p ap parèt kont nou, ni kont peyi sa a’?
JER 37:20 Men koulye a, souple, koute mwen, O mèt mwen, e wa mwen: souple, kite demann mwen an rive devan ou, e pa fè m retounen lakay Jonathan, grefye a, pou mwen pa mouri la.”
JER 37:21 Epi Wa Sédécias te pase lòd e yo te pase lòd selon Jérémie pou l rete nan lakou kay gad la. Yo te bay li yon pen ki sòti nan lari boulanje a, jiskaske tout pen nan vil la te fini nèt. Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad la.
JER 38:1 Alò, Schephathia, fis a Mattan e Guedalia, fis a Paschhur, fis a Malkija, te tande pawòl ke Jérémie t ap pale a tout pèp la e t ap di:
JER 38:2 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Sila ki rete nan vil sa a va mouri ak nepe, ak gwo grangou e ak gwo ravaj ak maladi, men sila ki sòti pou rive anvè Kaldeyen yo va viv. Li va gen pwòp lavi l kon pwòp benefis pa l e li va viv.’
JER 38:3 Konsa pale SENYÈ a: ‘Vil sa a va anverite livre nan men a wa Babylone nan, e li va kaptire l.’”
JER 38:4 Epi ofisye yo te di a wa a: “Koulye a, kite nonm sa a vin mete a lanmò, konsi l ap dekouraje mesye lagè ki rete nan vil sa a, ak tout pèp la lè l pale pawòl konsa avèk yo; paske nonm sa a p ap chache byen a pèp sa a, men malè yo.”
JER 38:5 Konsa, Wa Sédécias te di: “Gade byen, li nan men nou; paske wa a p ap ka fè anyen kont nou menm.”
JER 38:6 Epi yo te pran Jérémie e te jete li nan sitèn Malkija, fis a wa a, ki te nan lakou kay gad la. Yo te fè Jérémie desann ladann ak kòd yo. Alò, nan sitèn nan, pa t gen dlo, men sèlman labou, e Jérémie te fonse antre nan labou a.
JER 38:7 Men Ébed Mélec, Etyopyen an, yon enik, pandan li te lakay wa a, te tande ke yo te mete Jérémie nan sitèn nan. Alò, wa a te chita nan antre Pòtay Benjamin an.
JER 38:8 Epi Ébed-Mélec te sòti nan palè a wa a pou pale ak wa a. Li te di:
JER 38:9 “Mèt mwen, wa a, mesye sila yo te aji ak mechanste nan tout sa yo te fè Jérémie yo, pwofèt ki te jete nan sitèn nan. Li va mouri kote li ye akoz gwo grangou, paske nanpwen pen ankò nan vil la.”
JER 38:10 Epi wa a te kòmande Ébed-Mélec, Etyopyen an, e te di l: “Pran trant mesye soti isit la anba otorite ou e mennen fè monte Jérémie soti nan sitèn nan avan l mouri.”
JER 38:11 Konsa, Ébed-Mélec te pran mesye yo anba otorite li, e te antre nan palè a wa a, yon kote pi ba depo a. Li te pran la vye rad epwize ak vye twal epwize e te fè yo desann sou kòd, antre nan pwi a, rive kote Jérémie.
JER 38:12 Konsa, Ébed-Mélec, Etyopyen an te di a Jérémie: “Alò, mete rad epwize sa yo ak twal yo anba bra ou, anba kòd yo.” Jérémie te fè l.
JER 38:13 Konsa, yo te rale Jérémie fè l monte leve sòti nan sitèn nan, e Jérémie te rete nan lakou kay gad la.
JER 38:14 Epi Wa Sédécias te voye fè yo mennen Jérémie, pwofèt la, kote li nan twazyèm antre ki nan kay SENYÈ a; epi wa a te di a Jérémie: “Mwen ap mande ou yon bagay. Pa kache anyen devan m.”
JER 38:15 Epi Jérémie te reponn a Sédécias: “Si mwen pale ou, anverite, ou p ap mete m a lanmò? Anplis, menm si m bay ou konsèy, ou p ap koute mwen.”
JER 38:16 Men wa Sédécias te sèmante a Jérémie an sekrè. Li te di: “Kon SENYÈ a viv la, ki te fè nanm nou, anverite, mwen p ap mete ou a lanmò, ni mwen p ap livre ou nan men a mesye sila k ap chache pran lavi ou yo.”
JER 38:17 Epi Jérémie te di a Sédécias: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la; ‘Si, anverite, ou va sòti deyò pou vin soumèt a wa Babylone nan; alò, ou va viv, vil sa a p ap brile ak dife e ou menm ak lakay ou va viv.
JER 38:18 Men si ou pa ale deyò kote ofisye a wa Babylone yo, alò, vil sa va livre nan men a Kaldeyen yo. Epi yo va brile li ak dife e ou menm, ou p ap chape nan men yo.’”
JER 38:19 Epi Wa Sédécias te reponn a Jérémie: “Mwen krent Jwif ki te janbe kote Kaldeyen yo, paske yo kapab petèt livre mwen nan men yo, e yo va abize m.”
JER 38:20 Men Jérémie te di: “Yo p ap livre ou nan men yo. Souple, obeyi SENYÈ a nan sa ke m ap di ou a, pou l ka ale byen pou ou, e pou ou kapab viv.
JER 38:21 Men si ou kontinye refize ale deyò, men pawòl ke SENYÈ a te montre m nan:
JER 38:22 Alò, gade byen, tout fanm ki te rete nan palè wa Juda a, va mennen deyò kote prens a wa Babylone yo; epi fanm sa yo va di: “Pwòch zanmi ou yo te egare ou e te vin domine sou ou; pandan pye ou te kole nan labou a, yo te vire kite ou.”
JER 38:23 Anplis, yo va mennen deyò tout madanm ou yo ak fis ou yo devan Kaldeyen yo, e ou menm, ou p ap ka chape nan men yo, men ou va sezi pa men wa Babylone nan e vil sa a va brile ak dife.’”
JER 38:24 Epi Sédécias te di a Jérémie: “Pa kite pèsòn konnen pawòl sa yo, e ou p ap mouri.
JER 38:25 Men si ofisye yo tande ke mwen te pale avèk ou, te vin rekonèt ou e di ou: ‘Pale a nou sa ke ou te di wa a, sa ke wa a te di ou a; pa kache sa devan nou e nou p ap mete ou a lanmò,’
JER 38:26 alò, ou gen pou di yo: ‘Mwen t ap prezante siplikasyon mwen yo devan wa a, pou l pa fè m retounen lakay Jonathan pou m pa ta mouri la.’”
JER 38:27 Epi tout ofisye yo te vin kote Jérémie pou te kesyone li. Pou sa, li te reponn yo selon pawòl ke wa a te kòmande yo. Epi yo te sispann pale ak li, konsi konvèsasyon an pa t koute pa okenn moun.
JER 38:28 Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad yo jis rive jou ke Jérusalem te vin kaptire a.
JER 39:1 Alò, lè Jérusalem te vin kaptire nan nevyèm ane pouvwa Sédécias la, wa Juda a, nan dizyèm mwa, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li te rive kote Jérusalem pou te fè syèj sou li.
JER 39:2 Nan onzyèm ane pouvwa Sédécias la, nan katriyèm mwa a, nan nevyèm jou nan mwa a, yon brèch te fèt nan miray vil la.
JER 39:3 Epi tout ofisye a wa Babylone yo te antre ladann. Yo te chita bò kote Pòtay Mitan a; Nergal-Scharetser, Samgar-Nebu, Sarsekim, chèf a enik yo, Nergal-Sar-Ezer, chèf a majisyen yo, ak tout rès chèf a wa Babylone yo.
JER 39:4 Lè Sédécias, wa Juda a, ak tout mesye lagè yo te wè yo, yo te sove ale e te ale deyò lavil la nan nwit lan pa chemen jaden a wa a, atravè pòtay antre de miray yo. Konsa li te sove ale vè dezè a.
JER 39:5 Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè yo e te kaptire Sédécias nan plèn Jéricho. Yo te sezi li e te mennen li monte kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan Ribla, nan peyi a Hamath la. Epi li te pwononse jijman sou li.
JER 39:6 Epi wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo, devan zye l nan Ribla. Anplis, wa Babylone nan te touye tout mesye enpòtan Juda yo.
JER 39:7 Epi li te avegle zye Sédécias, e te mare li ak braslè an bwonz pou mennen l Babylone.
JER 39:8 Anplis, Kaldeyen yo te brile palè wa a ak dife avèk kay a pèp la, e yo te kraze miray Jérusalem yo.
JER 39:9 Tout rès pèp la ki te rete lavil la, ak sila ki te abandone vil la, ki te janbe kote li, e retay ki te rete nan vil la, Nebuzaradan, chèf gad yo, te pote yo an egzil Babylone.
JER 39:10 Men kèk nan sila ki te malere nèt yo, ki pa t gen anyen yo, Nebuzaradan, chèf gad yo, te kite yo dèyè nan peyi Juda, e te bay yo chan rezen ak chan pou yo kiltive nan menm lè sa a.
JER 39:11 Alò, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pase lòd de Jérémie pa Nebuzaradan, chèf gad la. Li te di:
JER 39:12 “Pran l e okipe l, pa fè l anyen ki mal, men pito aji avèk li jan li mande ou a.”
JER 39:13 Konsa Nebuzaradan, chèf gad yo, te voye pawòl pa Nebuschazban, chèf a enik yo, Nergal-Scharetser, chèf a majisyen yo, ak tout chèf a wa Babylone yo,
JER 39:14 te voye retire Jérémie sòti nan lakou kay gad la e te fè Guedalia, fis Achikam, fis a Schaphan nan, responsab pou mennen li lakay li. Konsa, li te rete pami pèp li a.
JER 39:15 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie pandan li te anprizone nan lakou kay gad la. Li te di:
JER 39:16 “Ale pale ak Ébed-Mélec, Etyopyen an pou di l: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen pawòl Mwen yo sou vil sa a pou dezas e pa pou pwosperite. Konsa yo va fèt devan ou nan jou sa a.
JER 39:17 Men mwen va delivre ou nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Ou p ap livre nan men a moun sa yo ke ou pè yo.
JER 39:18 Paske anverite, Mwen va sove ou e ou p ap tonbe anba nepe, men ou va gen lavi ou kon benefis, akoz ou te mete konfyans nan Mwen,” deklare SENYÈ a.’”
JER 40:1 Pawòl ki te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a lè Nebuzaradan, chèf a gad yo te lage li nan Rama, lè l te pran li mare ak chenn pami tout egzile a Jérusalem ak Juda ki t ap egzile Babylone yo.
JER 40:2 Alò, chèf a gad yo te pran Jérémie. Yo te di l: “SENYÈ a, Bondye ou a, te pwomèt gwo malè sa a kont plas sa a;
JER 40:3 epi SENYÈ a te fè l vin parèt. Li te fè l jan sa te pwomèt la. Akoz nou te peche kont SENYÈ a e pa t koute vwa li, pou sa, bagay sa a te vin rive nou.
JER 40:4 Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.”
JER 40:5 Kòm Jérémie poko t ap tounen, li te di: “Ale konsa, alò, retounen a Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ke wa Babylone nan te apwente sou vil a Juda yo, e rete la pami pèp la; oswa, ale kote li sanble pi bon pou ou ta ale.” Konsa chèf gad la te bay li yon pòsyon manje ak yon kado e te kite li ale.
JER 40:6 Konsa, Jérémie te ale Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam e te rete avè l pami moun ki te rete nan peyi a.
JER 40:7 Alò, tout chèf lame ki te nan chan an ak mesye pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, sou peyi a, e ke li te mete li an chaj de tout mesye yo, fanm ak timoun yo, sila ki te pi malere pase tout moun nan peyi a, ki pa t oblije fè egzil Babylone yo.
JER 40:8 Pou sa, yo te vin kote Guedalia Mitspa, ansanm ak Ismaël, fis a Nethania a ak Jochanan e Jonathan, fis a Karéach, Seraja, fis a Thanhumeth, fis a Éphaï, Nethopha ak Jezania, fis a Maacatite, yo menm ak mesye pa yo.
JER 40:9 Epi Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, te sèmante a yo menm e a mesye pa yo. Li te di: “Pa pè sèvi Kaldeyen yo. Rete nan peyi a pou sèvi wa Babylone nan, pou sa ale byen pou nou.
JER 40:10 Alò, pou mwen menm, gade byen, mwen ap rete Mitspa, pou m ka kanpe pou nou devan Kaldeyen ki va vini kote nou yo. Men pou nou, ranmase diven an, fwi sezon ete a ak lwil epi mete yo nan veso pou konsève yo e rete nan vil nou ke nou fin okipe yo.”
JER 40:11 Menm jan an osi, tout Jwif ki te Moab yo, pami fis a Ammon nan Edom yo e ki te nan tout lòt peyi yo, te tande ke wa Babylone nan te kite yon retay pou Juda, e ke li te deziye sou yo, Guedalia, fis a Achakim, fis a Schaphan an.
JER 40:12 Epi tout Jwif yo te retounen soti tout kote ke yo te chase ale yo pou te vini nan peyi Juda, kote Guedalia nan Mitspa e te ranmase diven nan gran sezon an an gran kantite.
JER 40:13 Alò, Jochanan, fis a Karéach ak tout chèf lame ki te nan chan an te vini a Guedalia nan Mitspa.
JER 40:14 Yo te di a li menm: “Èske ou konnen ke Baalis, wa a fis Ammon yo te voye Ismaël, fis a Nethania a, pou pran lavi ou?” Men Guedalia, fis a Achakim nan, pa t kwè yo.
JER 40:15 Epi Jochanan, fis a Karéach la, te pale an sekrè ak Guedalia nan Mitspa. Li te di: “Kite mwen ale touye Ismaël, fis a Nethania a e pèsòn p ap konnen! Poukisa li ta dwe pran lavi ou pou tout Jwif ki rasanble a ou menm yo ta gaye, e pou retay Juda a ta peri?”
JER 40:16 Men Guedalia, fis a Achikam nan, te di a Jochanan, fis a Karéach la: “Pa fè bagay sa a, paske ou ap di yon manti sou Ismaël.”
JER 41:1 Nan setyèm mwa Ismaël, fis a Nethania a, fis a Élischama, manm fanmi wayal la, e youn nan chèf prensipal a wa yo, ansanm ak dis mesye te rive Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam nan. Pandan yo t ap manje pen ansanm nan Mitspa,
JER 41:2 Ismaël, fis a Nethania a ak dis mesye ki t ap manje avèk li yo te leve e te touye Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ak nepe, e te mete a lanmò sila ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.
JER 41:3 Ismaël, anplis, te frape touye tout Jwif ki te avè l yo, sa vle di ak Guedalia nan Mitspa, menm ak Kaldeyen ki te la yo, mesye lagè yo.
JER 41:4 Alò, li te rive nan pwochen jou apre lanmò a Guedalia a, lè pèsòn pa t konnen anyen sou sa,
JER 41:5 ke katre-ven gason te sòti Sichem, Silo ak Samarie avèk bab yo retire nèt ak razwa, ak rad yo chire e kò yo blese, ofrann ak lansan nan men yo pou pote lakay SENYÈ a.
JER 41:6 Epi Ismaël, fis a Nethania a, te sòti Mitspa pou rankontre yo e li t ap kriye nan wout la; epi pandan li te rankontre yo, li te di yo: “Vin kote Guedalia, fis a Akchikam nan!”
JER 41:7 Malgre sa, li te rive ke lè yo te antre anndan vil la, Ismaël, fis a Nethania a ak mesye ki te avè l yo te touye yo e jete yo nan sitèn nan.
JER 41:8 Men dis nan mesye ki te pami yo te di a Ismaël: “pa mete nou a lanmò, paske nou gen depo ble, lòj, lwil ansanm ak siwo myèl ki kache nan chan an.” Akoz sa, li te ralanti e pa t mete yo ansanm ak zanmi parèy yo a lanmò.
JER 41:9 Alò, konsènan sitèn kote Ismaël te jete tout kadav a mesye ke li te touye akoz Guedalia yo, se te sila ki te bati pa wa Asa a pou Baescha, wa Israël la; Ismaël, fis a Nethania a, te plen li ak moun mouri yo.
JER 41:10 Epi Ismaël te pran an kaptif tout retay ki te Mitspa yo, fi a wa yo ak tout moun ki te rete Mitspa yo, ke Nebuzaradan, chèf gad la, te mete sou chaj Guedalia, fis a Achikam nan. Konsa Ismaël, fis a Nethania a, te pran yo an kaptif e te pati pou janbe kote fis a Ammon yo.
JER 41:11 Men Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf a fòs lame ki te avèk li yo te tande afè mechanste ke Ismaël, fis a Nethania a, te fè a.
JER 41:12 Pou sa, yo te pran tout mesye yo pou te ale goumen ak Ismaël, fis a Nethania. Yo te rankontre li akote gwo basen ki Gabaon an.
JER 41:13 Alò, la menm tout moun ki te avèk Ismaël yo te wè Jochanan, fis a Karéach la ak chèf lame ki te avèk li yo. Konsa, yo te kontan.
JER 41:14 Tout moun ke Ismaël te pran kaptif soti Mitspa yo te vire retounen pou te ale kote Jochanan, fis a Karéach la.
JER 41:15 Men Ismaël, fis a Nethania a, te chape nan men Jochanan ak uit mesye pou te rive kote fis a Ammon yo.
JER 41:16 Epi Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf fòs lame ki te avèk li yo te pran soti Mitspa tout sila nan retay moun ke li te reprann soti nan men Ismaël, fis a Nethania a, lè l te fin touye Guedalia, fis a Achikam nan— ki vle di mesye ki te sòlda yo, fanm yo, timoun yo, ak enik ke li te mennen retounen soti Gabaon an.
JER 41:17 Yo te ale rete Gerut-Kimham, toupre Bethléem, pou yo te ka ale an Égypte,
JER 41:18 akoz Kaldeyen yo. Yo te krent yo, akoz Ismaël, fis a Nethania a, te touye Guedalia, fis a Achikam nan, ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.
JER 42:1 Epi tout gran chèf lame yo, Jochanan, fis a Karéach la, Jezania, fis Hosée a, ak tout pèp la, ni piti, ni gran, te pwoche.
JER 42:2 Yo te di a Jérémie, pwofèt la: “Souple, kite demand nou an vin parèt devan ou, e priye SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou; pou tout retay sa a, akoz nou se sèlman kèk grenn ki rete pami anpil nan nou, jan zye ou konn wè nou an,
JER 42:3 pou SENYÈ a, Bondye ou a, kapab pale nou de chemen ke nou ta dwe pran an, ak bagay ke nou ta dwe fè a.”
JER 42:4 Jérémie, pwofèt la, te di yo: “Mwen te tande. Gade byen, mwen va priye a SENYÈ a, Bondye nou an, an akò ak tout pawòl nou yo, epi mwen va di nou tout mesaj avèk sila SENYÈ a va reponn nou yo. Mwen p ap kenbe dèyè menm yon mo pou nou.”
JER 42:5 Epi yo te di a Jérémie: “Ke SENYÈ a kapab yon vre fidèl temwen kont nou si nou pa aji selon tout mesaj ke SENYÈ a, Bondye ou a, va voye pou nou.
JER 42:6 Kit li dous, kit li pa dous, nou va koute vwa SENYÈ a sou sila nou ap voye ou a, pou sa kapab ale byen pou nou lè nou koute vwa SENYÈ a, Bondye nou an.”
JER 42:7 Alò, lè sèt jou fin ekoule, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie.
JER 42:8 Konsa, li te rele Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame ki te avè l yo ak tout pèp la, ni piti, ni gran.
JER 42:9 Epi li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, a Sila nou te voye mwen pou prezante sa nou t ap mande devan L lan:
JER 42:10 ‘Si, anverite, nou va rete nan peyi sa a; alò, Mwen va ankouraje nou, Mwen p ap detwi nou, Mwen va plante nou e Mwen p ap dechouke nou, men Mwen va ralanti sou malè avèk sila Mwen te aflije nou an.
JER 42:11 Pa pè wa Babylone nan, k ap bannou perèz nan moman sa a. Pa pè l, paske Mwen avèk nou pou sove nou e pou delivre nou de men l.
JER 42:12 Anplis, Mwen va montre nou konpasyon, pou l ta genyen konpasyon anvè nou e restore nou sou pwòp tè pa nou.
JER 42:13 “‘Men si nou ap di: “Nou p ap rete nan peyi sa a,” pou nou pa ta koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an,
JER 42:14 epi di: “Non, men nou va ale nan peyi Égypte, kote nou p ap tande afè lagè, ni son a twonpèt, ni grangou pou pen, e se la nou va rete;”’
JER 42:15 alò, nan ka sa a, koute pawòl SENYÈ a, O retay a Juda yo. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Si nou, anverite, fikse vizaj nou pou antre an Égypte e pou antre nan rezidans lan,
JER 42:16 alò, nepe ke nou vrèman krent lan va rive pran nou nan peyi Égypte la, epi grangou ke nou krent anpil la, va swiv nou de prè an Égypte, e la nou va mouri.
JER 42:17 Konsa, tout mesye ki fikse panse yo pou rive la an Égypte, pou fè rezidans yo la, va mouri pa nepe, pa grangou, ak gwo epidemi. Yo p ap gen retay, ni ki chape sou gwo malè ke Mwen va fè vini sou yo a.’
JER 42:18 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Tankou gwo kòlè ak mekontantman Mwen te vide sou sila ki rete Jérusalem yo, se konsa gwo kòlè Mwen va vide sou nou lè nou antre an Égypte. Konsa, nou va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm e yon repwòch. Ni nou p ap janm wè kote sila a ankò.’
JER 42:19 “SENYÈ a te pale ak nou, O retay Juda a: ‘Pa ale antre an Égypte!’ Nou ta dwe konprann byen klè ke jodi a, mwen te avèti nou sa.
JER 42:20 Paske nou twonpe pwòp tèt nou. Se nou menm ki te voye mwen kote SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te di: “Priye pou nou a SENYÈ a, Bondye nou an, epi nenpòt sa SENYÈ a, Bondye nou an di, fè nou konnen e nou va fè l.”
JER 42:21 Konsa, jodi a, mwen te di nou, men nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, menm nan tout sa Li te voye mwen pale nou yo.
JER 42:22 Akoz sa, nou ta koulye a dwe konprann ke nou va mouri pa nepe, pa grangou e pa gwo epidemi, nan plas kote nou vle ale rezide a.
JER 43:1 Men la menm Jérémie, ke SENYÈ a, Bondye pa yo a, te voye a, te fin pale tout pèp la tout pawòl a SENYÈ a, Bondye pa yo a—— sa vle di, tout pawòl sila yo——
JER 43:2 Azaria, fis a Hosée, Jochanan, fis a Karéach e tout mesye ògeye yo te di a Jérémie: “W ap bay manti! SENYÈ a, Bondye nou an, pa t voye ou di: ‘Nou p ap antre Égypte pou rete la’.
JER 43:3 Men se Baruc, fis a Nérija a, k ap chofe ou kont nou pou livre nou nan men a Kaldeyen yo, pou yo menm mete nou a lanmò, oswa ekzile nou Babylone.”
JER 43:4 Pou sa, Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf lame yo, ak tout pèp la, pa t obeyi vwa SENYÈ a pou rete nan peyi Juda a.
JER 43:5 Men Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame yo te pran tout retay a Juda yo, ki te retounen soti nan tout nasyon kote yo te konn chase yo rive, pou yo ta ka rete nan peyi Juda a—
JER 43:6 mesye yo, fanm yo, timoun yo, fi a wa yo, e chak moun ke Nebuzaradan, chèf a kò gad la te kite avèk Guedalia, fis a Achikam nan ak granpapa a Schaphan, ansanm ak Jérémie, pwofèt la e Baruc, fis a Nérija a.
JER 43:7 Epi yo te antre nan peyi Égypte la paske yo pa t obeyi a vwa SENYÈ e yo te rive jis Tachpanès.
JER 43:8 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie nan Tachpanès. Li te di:
JER 43:9 “Pran kèk nan gwo wòch nan men ou, e sere yo nan mòtye nan pave brik ki nan antre palè Farawon ki nan Tachpanès la, devan zye a kèk nan Jwif yo.
JER 43:10 Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va voye chache Nebucadnetsar, wa Babylone nan sèvitè Mwen an, e Mwen va plase twòn li byen dirèk anwo wòch sila ke m te kache yo; epi li va ouvri gwo abri wayal pa l anwo yo.
JER 43:11 Anplis, li va vin frape peyi Égypte la. Sila ki te fèt pou mouri va mouri; sila pou prizon yo, va vin anprizone, e sila ki pou nepe yo, va jwenn nepe.
JER 43:12 Epi Mwen va mete dife sou tanp dye Égypte yo, li va brile yo e soti avèk yo kon prizonye. Li va vlope li menm ak peyi Égypte kon yon bèje vlope kò l ak vètman li, e li va sòti la, ansekirite.
JER 43:13 Anplis, li va kraze nèt imaj an wòch Beth-Schémech yo, ki nan peyi Égypte la, epi tanp dye a Égypte yo, li va brile yo ak dife.”’”
JER 44:1 Pawòl ki te rive kote Jérémie pou tout Jwif ki te rete nan peyi Égypte yo, sila ki te rete nan Migdol yo, Tachpanès Noph ak nan peyi a Pathros yo. Li te di:
JER 44:2 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Nou menm, nou te wè tout malè ke M te mennen sou Jérusalem ak tout vil Juda yo. Gade byen, nan jou sa a, yo fin kraze nèt e pèsòn pa rete nan yo,
JER 44:3 akoz mechanste ke yo te fè pou pwovoke M a lakòlè, akoz yo te kontinye brile sakrifis pou sèvi lòt dye ke yo pa t konnen, ni yo, ni nou menm, ni zansèt nou yo.
JER 44:4 Malgre sa, Mwen te voye bannou tout sèvitè mwen yo, pwofèt yo, ankò e ankò e Mwen te di: “Ah, pa fè bagay abominab sila ke m menm rayi a.”
JER 44:5 Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo pou kite mechanste yo, pou yo pa brile sakrifis a lòt dye yo.
JER 44:6 Akoz sa, kòlè Mwen ak mekontantman Mwen te vide e te brile nan vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo, jiskaske yo vin detwi nèt e vin yon dezolasyon jis rive jodi a.’
JER 44:7 “Alò, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Poukisa n ap fè gwo mal sa a nou menm, pou nou ta koupe retire nèt de nou menm, gason, fanm, pitit, ak tibebe, pou kite tèt nou san retay.
JER 44:8 Epi pwovoke M a lakòlè avèk zèv men nou, brile sakrifis a lòt dye nan peyi Égypte yo, kote nou ap antre pou rezide, pou nou kab vin koupe retire nèt e devni yon madichon ak yon repwòch pami tout nasyon sou latè yo?
JER 44:9 Èske nou fin bliye mechanste a papa zansèt nou yo, mechanste a wa a Juda yo, mechanste a madanm yo, pwòp mechanste pa nou, mechanste a madanm pa nou yo, ke yo te komèt nan peyi Juda a ak nan ri Jérusalem yo.
JER 44:10 Men yo pa t repanti, menm jis rive jodi a, ni yo pa t gen lakrent, ni mache nan lalwa Mwen, ni règleman ke M te mete devan nou yo ak devan papa zansèt nou yo.’
JER 44:11 “Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap fikse fas Mwen kont nou pou malè, menm pou koupe retire tout Juda.
JER 44:12 Epi Mwen va retire retay Juda ki te fikse panse yo sou antre nan peyi Égypte pou abite la, e yo va tout twouve move desten pa yo. La, nan peyi Égypte, yo va tonbe pa nepe e rankontre desten yo nan gwo grangou. Yo va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm ak yon repwòch.
JER 44:13 Epi Mwen va pini sila ki rete nan peyi Égypte yo , kon mwen te pini Jérusalem, ak nepe a, ak grangou, ak bèt ki ravaje chan e ak epidemi.
JER 44:14 Konsa, p ap gen moun ki chape, ni ki retounen nan retay Juda ki te antre nan peyi Égypte pou rezide la ak entansyon pou retounen nan peyi Juda, kote yo gen anvi retounen viv la. Paske okenn moun p ap retounen sof ke kèk grenn ki chape.’”
JER 44:15 Epi tout sila ki te konnen ke madanm yo t ap brile sakrifis a lòt dye yo, ansanm ak tout fanm ki te kanpe la yo, yon gwo asanble, menm ak tout moun ki te rete Pathros nan peyi Égypte la, te reponn a Jérémie. Yo te di:
JER 44:16 “Pou mesaj ke ou te pale nou nan non SENYÈ a, nou p ap koute ou!
JER 44:17 Men pito, nou va akonpli tout pawòl ki te sòti nan bouch pa nou, lè n ap brile sakrifis a rèn syèl la, e vide bwason devan l, menm jan ke nou menm, ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prèt nou yo te konn fè nan vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo. Paske nan lè sa a, nou te gen kont manje, nou te byen alèz e nou pa t konn soufri malè.
JER 44:18 Men depi lè nou te sispann brile sakrifis a rèn syèl la ak vide bwason devan l, nou te vin manke tout bagay, e nou te vin anile pa nepe ak gwo grangou.”
JER 44:19 Fanm yo te pale: “Lè nou t ap brile sakrifis a rèn syèl la, e nou t ap vide ofrann bwason a li menm, èske se te san mari nou ke nou te fè pou li gato sakrifis nan imaj li e te vide ofrann bwason a li menm?”
JER 44:20 Epi Jérémie te di a tout pèp la, a mesye yo ak fanm yo—menm a tout pèp ki t ap reponn li konsa yo—e li te di:
JER 44:21 Pou sakrifis lafimen ke nou te brile nan vil a Juda yo ak ri a Jérusalem yo, nou menm ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prens nou yo e pèp peyi a, èske SENYÈ a pa t sonje yo, e èske tout sa pa t antre nan panse Li?
JER 44:22 Konsa, SENYÈ a pa t ka sipòte sa akoz mechanste a zak nou yo, akoz zak abominab ke nou te komèt yo. Se pou sa, peyi nou an fin detwi nèt, yon objè degoutan ak yon madichon, san pèsòn pou rete ladann, jan li ye jodi a.
JER 44:23 Akoz nou te brile sakrifis yo, nou te peche kont SENYÈ a e pa t obeyi vwa SENYÈ a, ni mache nan lalwa Li, règleman Li yo, ak temwayaj Li yo; akoz sa, gran malè sa a vin tonbe sou nou, jan li ye jodi a.
JER 44:24 Konsa, Jérémie te di a tout pèp la, ansanm ak tout fanm yo: “Tande pawòl SENYÈ a, tout Juda ki rete nan peyi Égypte la,
JER 44:25 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa: ‘Pou nou menm ak madanm nou, nou te pale ak bouch nou, nou te akonpli sa ak men nou, e nou te di: “Anverite, nou va akonpli ve ke nou te fè yo, pou nou brile sakrifis a rèn syèl la, e vide bwason nou yo a li menm.” “‘Ale fè l, pou akonpli ve nou yo; e byen si, akonpli ve nou yo!’
JER 44:26 “Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, tout moun Juda ki rete nan peyi Égypte la: ‘Gade byen, Mwen te sèmante pa gran non Mwen,’ SENYÈ a di: ‘Pinga non Mwen janm nonmen ankò nan bouch a okenn moun Juda nan tout peyi Égypte la, pou ta di: “Jan Senyè BONDYE a viv la.”
JER 44:27 Gade byen, M ap veye sou yo pou malè yo, e pa pou byen yo. Tout mesye Juda ki nan peyi Égypte yo, va rankontre lafen pa yo ak nepe e ak gwo grangou jiskaske yo fin disparèt nèt.
JER 44:28 Sila ki chape anba nepe yo va retounen sòti nan peyi Égypte pou rive Juda p ap gen anpil menm. Nan lè sa a, retay Juda ki te ale nan peyi Égypte pou rezide yo, va konnen pawòl a kilès k ap kanpe, si se pa M nan, oswa pa yo a’.
JER 44:29 “‘Sa va sèvi kon sign pou nou’, SENYÈ a di: ‘ke Mwen va pini nou nan plas sa a, pou nou ka konnen ke pawòl Mwen va, anverite, kanpe kont nou pou malè nou.’
JER 44:30 Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va livre Farawon Hophra, wa Égypte la, nan men lènmi li yo; nan men a sila k ap chache lavi li, menm jan ke m te livre Sédécias, wa Juda a, nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ki te ènmi li e ki t ap chache lavi li.’”
JER 45:1 Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te pale a Baruc, fis a Nérija, lè l te fin ekri pawòl sila yo nan yon liv selon dikte Jérémie, nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, lè l te di:
JER 45:2 Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la a ou menm, O Baruc:
JER 45:3 ‘Ou te di: “Ah! Malè a mwen menm! Paske SENYÈ a te mete tristès nan doulè m; mwen fatige ak plent mwen yo e mwen pa jwenn repo.’”
JER 45:4 “Se konsa ou dwe pale li, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sa ke M te bati a, Mwen prèt pou demoli li, e sa ke M te plante a, Mwen prèt pou rache li; sa vle di, tout peyi a.”
JER 45:5 Men ou menm, èske w ap chache gwo bagay pou ou menm? Pa chache, paske gade byen, Mwen va mennen dezas sou tout chè,’ deklare SENYÈ a: “Men Mwen va kite ou chape ak lavi ou a, nenpòt kote ou ale.”
JER 46:1 Sa ki te rive selon pawòl SENYÈ a a Jérémie, pwofèt la, konsènan nasyon yo.
JER 46:2 Pou Égypte: konsènan lame Farawon Neco, wa Égypte la, ki te akote rivyè Euphrate nan Carkemisch, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te bat nèt nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a.
JER 46:3 “Alinye pwotèj ak boukliye e pwoche pre pou batay la.
JER 46:4 Sele cheval, e monte sou do yo; pran pozisyon nou ak kas nan tèt! Netwaye tout lans yo, e mete abiman an bwonz!
JER 46:5 Poukisa mwen te wè sa? Yo pè nèt, y ap rale fè bak, mesye pwisan yo fin bat nèt, e sèl abri yo sove ale san gade dèyè. Se gwo laperèz tout kote!” deklare SENYÈ a.
JER 46:6 Pa kite sila ki pi rapid la sove ale, ni moun pwisan an chape poul li. Nan nò, akote rivyè Euphrate la, yo te glise, chape tonbe.
JER 46:7 Se kilès sa ki leve tankou rivyè Nil la, tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo?
JER 46:8 Égypte leve tankou rivyè Nil la, menm tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo. Li te di: “Mwen va leve kouvri peyi sa a; anverite, Mwen va detwi vil la ak moun ki rete ladann yo.”
JER 46:9 An avan, cheval yo! Kouri tankou moun fou, cha lagè yo! Kite moun pwisan yo mache devan: Éthiopie ak Puth ki manevre boukliye a, Lidyen ki manevre e koube banza a.
JER 46:10 Paske jou sa a se pou Senyè BONDYE dèzame yo, yon jou vanjans, pou L kapab fè vanjans Li sou lènmi Li yo. Nepe a va devore vin satisfè, Li va bwè kont li nan san yo; paske va genyen yon sakrifis pou Senyè BONDYE dèzame yo, nan peyi nò a, akote Larivyè Euphrate la.
JER 46:11 Monte Galaad pou jwenn pomad gerizon an, O fi vyèj Égypte la! Anven nou te miltipliye remèd yo; nanpwen gerizon pou nou.
JER 46:12 Nasyon yo te tande de bagay wont ou an, e tè a plen ak kri detrès ou; paske yon gran gèrye tonbe sou gran gèrye, e toulède tonbe atè ansanm.
JER 46:13 Sa se mesaj ke SENYÈ a te pale a Jérémie, pwofèt la, konsènan avni a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pou frape peyi Égypte la:
JER 46:14 “Se pou nou deklare an Égypte e pwoklame nan Migdol; pwoklame tou nan Noph e nan Tachpanès; Di: ‘Pran pozisyon nou e kanpe, paske nepe fin devore sila ki antoure nou yo.’
JER 46:15 Poukisa mesye pwisan nou yo vin pwostène? Yo pa kanpe akoz SENYÈ a te pouse yo desann.
JER 46:16 Li fè anpil tonbe; anverite, yo tonbe youn kont lòt. Yo te di: ‘Kanpe! Annou retounen kote pwòp pèp pa nou, nan peyi natal nou, lwen nepe a sila k ap oprime a.’
JER 46:17 Yo te kriye la: ‘Farawon, wa Égypte la, pa plis ke yon gwo bri; li te kite tan deziye a fin pase!’
JER 46:18 “Jan Mwen viv la,” deklare Wa a ki gen kon non Li, SENYÈ dèzame yo, “Anverite, youn ki parèt gran tankou Mòn Thabor pami mòn yo, oswa tankou Carmel akote lanmè a; se konsa lap vini.
JER 46:19 Prepare valiz ou pou egzil, O fi k ap demere an Égypte, paske Noph va devni yon dezolasyon; li va brile menm, pou l rete vid san moun ladann.
JER 46:20 “Égypte se yon gazèl byen bèl, men yon gwo mouch ap vini soti nan nò. Li fin rive.
JER 46:21 Anplis, sòlda mèsenè etranje nan mitan li yo tankou jenn bèf yo byen angrese, paske yo menm tou te fin vire nèt; yo te sove ale ansanm. Yo pa t kanpe, paske jou malè pa yo fin rive sou yo; lè pinisyon pa yo.
JER 46:22 Son li va soti kon yon sèpan; paske tankou yon lame, yo vini, yo rive kote li ak moun k ap pote rach.
JER 46:23 “Yo va koupe forè li”, deklare SENYÈ a; anverite, li p ap twouve ankò; paske yo plis pase gwo lame krikèt volan. Fòs kantite yo depase kontwòl.
JER 46:24 Fi Égypte la ap fè gwo wont; lap livre nan pouvwa moun nan nò yo.”
JER 46:25 SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la di: “Gade byen, Mwen ap pini Amon ki rete Thebes la, Farawon e Égypte ansanm ak dye li yo ak wa li yo, menm Farawon ak sila ki mete konfyans nan li yo.
JER 46:26 Mwen va livre yo a sila k ap chache touye yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan ak nan men chèf li yo. Malgre sa, apre, li va vin gen moun ki rete ladann jan li te ye nan tan pase a.” deklare SENYÈ a.
JER 46:27 Men pou ou menm, O! Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent, ni pa twouble, O Israël! Paske ou wè, Mwen va sove nou soti lwen, e desandan nou yo soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen pou rete san twoub, ansekirite, san pèsòn ki pou fè l tranble.
JER 46:28 O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a: “paske, Mwen avèk ou. Paske Mwen va fè fen a tout nasyon kote Mwen te chase ou ale yo. Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm; men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
JER 47:1 Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza.
JER 47:2 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, dlo yo ap leve soti nan nò e l ap vin fè yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòde jis li vin kouvri latè ak tout kapasite l, menm vil a sila ki rete ladann. Mesye yo va kriye fò, e tout moun ladann va rele anmwey.
JER 47:3 Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd, zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo, papa yo p ap retounen pran pitit yo, men men yo va lage nèt ak sezisman.
JER 47:4 Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo, pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo; paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo, retay a kot Caphtor a.
JER 47:5 Gaza vin chòv; Askalon te fin detwi nèt. O retay vale yo! Pandan konbyen de tan nou va blese pwòp chè nou?
JER 47:6 “‘Ah nepe SENYÈ a! Pandan konbyen de tan ou va refize vin kalm? Ralanti, rantre nan fouwo a; repoze e rete trankil.’
JER 47:7 “Kòman li ka kalm, lè SENYÈ a bay li lòd? Kont Ashkalon, kont kot lanmè a; Se la, Li te ranje pou l te fèt.”
JER 48:1 Konsènan Moab. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Malè a Nebo! Paske li fin detwi. Kirjathaïm te rive wont nèt. Li vin kaptire. Sitadèl la ki te leve byen wo a te fè wont. Li te vin kraze nèt.
JER 48:2 Pa genyen lwanj pou Moab ankò. Nan Hesbon, yo te fè plan pou malè li: ‘Vini, annou koupe retire l nèt pou l pa menm yon nasyon ankò!’ Nou menm tou, Madmen, va vin an silans. Nepe a va swiv nou.
JER 48:3 Bri a gwo kri k ap sòti Choronaïm; ravaj ak gwo destriksyon!
JER 48:4 Moab fin kraze. Pitit li yo te fè yon kri detrès.
JER 48:5 Paske akote pant ki monte vè Luchith la, yo va monte avèk kri san rete. Paske nan pant ki desann kote Choronaïm nan, yo te tande gwo kri ak doulè akoz destriksyon an.
JER 48:6 Chape poul nou, sove lavi nou, pou nou ka tankou yon bayawonn nan dezè a.
JER 48:7 Paske akoz konfyans nou mete nan pwòp zèv nou ak trezò pa nou; menm nou menm va vin kaptire. Kemosch va antre an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens li yo.
JER 48:8 Yon destriktè va vini nan chak vil, pou pa gen vil ki chape; vale a, anplis, ap detwi, e wo plèn nan va detwi, jan SENYÈ a te pale a.
JER 48:9 Bay zèl a Moab, paske li va sove ale; epi vil pa li yo va vin yon dezè, san moun ki pou rete ladan yo.
JER 48:10 “Malè a sila ki fè travay SENYÈ a ak neglijans, e malè a sila ki anpeche nepe l vèse san.
JER 48:11 “Moab te alèz depi nan jenès li; anplis, li pa t janm deranje. Tankou diven ki rete nan boutèy orijinal, ki pa t vide de veso a veso, nonplis li pa t janm ale an egzil. Akoz sa, li kenbe bon gou li, ni odè li pa chanje.
JER 48:12 Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va voye kote li sila ki chavire bato yo e yo va chavire li, yo va vide veso li yo e kraze tout bokal li yo.
JER 48:13 Epi Moab va wont pou Kemosch, menm jan lakay Israël te wont pou Béthel, konfyans pa yo.
JER 48:14 “Kòman nou ka di: ‘Nou se vanyan gèrye e moun plen kouraj pou batay’?
JER 48:15 Moab fin detwi nèt, e moun fin monte kote vil li yo; anplis, jenn mesye pi chwazi li yo fin tonbe nan gwo masak,” deklare Wa a, ki pote non a SENYÈ dèzame yo.
JER 48:16 “Gwo dega Moab la prèt pou rive e malè li va chofe rive vit.
JER 48:17 Fè dèy pou li, nou menm tout ki antoure li, menm nou menm tout ki te konnen non li, di: ‘Gade kijan gwo fòs baton wayal la fin kase, yon baton ki te tèlman bèl!’
JER 48:18 O fi ki rete Dibon an, “Desann kite glwa ou pou vin chita sou tè sèk; paske destriktè Moab la te vin kont ou. Li te detwi sitadèl ou yo.
JER 48:19 Kanpe akote wout la pou veye, O moun ki rete Aroër. Mande gason ‘ki moun ki sove ale a’? E fi a ‘ki moun ki chape poul li a’? Mande: ‘Kisa ki te pase?’
JER 48:20 Moab fin fè wont nèt, paske li fin kraze nèt. Fè gwo kri, rele anmwey! Deklare akote Rivyè Arnon an ke Moab te fin detwi.
JER 48:21 Jijman fin rive sou plèn nan tou, sou Holon, sou Jahats e kont Méphaath,
JER 48:22 Sou Dibon, sou Nebo, sou Beth-Diblathaïm,
JER 48:23 Sou Kirjathaïm sou Beth-Gamul, sou Beth-Meon,
JER 48:24 Sou Kerijoth, sou Botsra, sou tout vil nan peyi Moab yo, ni lwen, ni pre.
JER 48:25 Kòn Moab te fin koupe nèt e bra li te fin kase,” deklare SENYÈ a.
JER 48:26 “Fè l vin sou, paske li te plen ògèy anvè SENYÈ a. Pou sa, Moab va vire tounen nan vomisman li, e anplis, li va vin yon rizib pou tout moun ka ri.
JER 48:27 Alò, èske nou pa t konsidere Israël kon yon rizib? Oswa, èske se pami volè li te tonbe? Paske chak fwa nou pale sou li, nou souke tèt nou konsi n ap giyonnen li.
JER 48:28 Kite vil yo pou rete nan kav wo yo, O moun Moab yo! Fè tankou toutrèl ki fè nich li dèyè bouch gwo kav yo.
JER 48:29 “Nou konn tande afè ògèy Moab la. Li vrèman ògeye nan ensolans li, ògèy li, awogans kè li, ak leve pwòp tèt li byen wo.
JER 48:30 Mwen konnen gwo kòlè li,” deklare SENYÈ a: “Men sa initil; gwo ògèy li a pa reyisi anyen.
JER 48:31 Pou sa, mwen va rele anmwey pou Moab, menm pou tout Moab mwen va rele fò. Mwen va plenyen ak tristès pou mesye a Kir-Hérès yo.
JER 48:32 Plis ke kriye pou Jaezer, mwen va kriye pou ou, O chan rezen Sibma a. Chan rezen nou yo te lonje rive lòtbò lanmè a. Yo te rive nan lanmè Jaezer a. Sou fwi gran sezon ak rekòlt rezen nou, destriktè a vin tonbe.
JER 48:33 Konsa, lajwa ak kè kontan vin retire nan chan plen ak fwi a, menm nan Moab. Epi Mwen te fè diven vin sispann nan pèz diven yo. Pèsòn p ap foule yo ak gwo kri. Kri ki genyen, se ke pa gen kriye menm.
JER 48:34 Soti nan gwo kri Hesbon an, menm rive Élealé, menm nan Jahats, yo te leve vwa yo, soti Tsoar, jis rive Choronaïm, jiska Églath-Schelischija; paske dlo a Nimrim yo va anplis vin dezole.
JER 48:35 M ap fè Moab fini nèt”, deklare SENYÈ a: “Sila ki ofri sakrifis sou wo plas yo e sila ki brile lansan a dye li yo.
JER 48:36 Akoz sa, kè M kriye pou Moab tankou flit; kè M kriye tou pou mesye Kir-Hérès yo. Akoz yo te pèdi tout abondans li te konn pwodwi.
JER 48:37 Paske tout tèt vin chòv e tout bab vin koupe kout; genyen blesi sou tout men yo ak twal sak sou kwis.
JER 48:38 Sou tout twati a Moab yo ak nan lari yo, se lamantasyon tout kote; paske mwen te kraze Moab kon yon veso san valè,” deklare SENYÈ a.
JER 48:39 “A la kraze li kraze! Yo te rele anmwey. Gade kijan Moab te vire do li—li vin wont nèt! Konsa, Moab va vin yon rizib ak yon objè degoutan a tout moun ki antoure li yo.”
JER 48:40 Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, li va vole rapid tankou èg e lonje zèl li ouvri kont Moab.
JER 48:41 Kerijoth te fin kaptire e sitadèl yo te vin pran. Kè a mesye pwisan Moab yo nan jou sa a, va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.
JER 48:42 Moab va detwi jiskaske li vin pa yon pèp ankò, akoz li te vin awogan anvè SENYÈ a.
JER 48:43 Gwo laperèz devan twou fòs, ak pèlen ap vini sou nou, O moun Moab yo,” deklare SENYÈ a.
JER 48:44 “Sila ki sove ale devan gwo laperèz la, va tonbe nan fòs la e sila ki monte sòti nan fòs la, va kenbe nan pèlen an; paske Mwen va mennen sou li, menm sou Moab, ane a pinisyon yo”, deklare SENYÈ a.
JER 48:45 “Nan lonbraj Hesbon, mesye ki chape yo rete san fòs; paske dife a parèt sòti nan Hesbon, yon flanm soti nan mitan Sihon e li te devore fwontèn tèt a Moab ak zo bwa tèt mò a banbochè yo.
JER 48:46 Malè pou ou, Moab! Pèp Kemosch la fin peri; paske fis nou yo vin prizonye e fi nou yo ale an kaptivite.
JER 48:47 “Malgre sa, Mwen va restore Moab nan dènye jou yo,” deklare SENYÈ a. Jiska prezan, jijman an rive sou Moab.
JER 49:1 Konsènan fis a Ammon yo. Konsa pale SENYÈ a: “Èske Israël pa gen fis? Oswa èske li pa gen eritye? Alò poukisa Malcom te pran posesyon sou Gad, e se pèp li ki vin rete nan vil pa yo?
JER 49:2 Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “ke Mwen va fè yon twonpèt fè son lagè kont Rabbath, fis a Ammon yo; epi li va devni pil dezole, e vil li yo va limen ak dife. Konsa, Israël va pran posesyon de sila ki posede l yo,” pale SENYÈ a.
JER 49:3 “Rele anmwey, O Hesbon! Paske Aï fin detwi! Kriye fò, O fi a Rabbath yo! Mare senti nou ak twal sak ak gwo kri e kouri fè ale retou anndan miray yo; paske Malcom va ale an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens yo.
JER 49:4 Pouki sa ou ògeye pou vale yo! Vale yo kap koule, O fi ki chite fè bak, ki plase konfyans li nan trezò li yo? E k ap di: ‘Kilès ki va vini kont mwen?’
JER 49:5 Gade byen, m ap fè gwo laperèz rive sou ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo: “Soti nan tout kote ki antoure ou yo; epi nou chak va chase sòti tèt devan, san pèsòn ki pou rasanble sila ki gaye yo.
JER 49:6 “Men apre, Mwen va restore fòtin a fis a Ammon yo,” deklare SENYÈ a.
JER 49:7 Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Èske pa gen sajès ankò nan Théman? Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi? Èske sajès yo vin pouri?
JER 49:8 Chape poul ou, retounen, rete nan pwofondè yo, O sila ki rete Dedan yo! Paske Mwen va mennen dezas Ésaü a sou li nan lè M ap pini li a.
JER 49:9 Si sila k ap ranmase rezen yo te vin kote ou, èske yo pa t ap kite kèk grenn fwi tonbe atè? Si yon vòlè te vini lannwit, yo ta vole sèlman kont yo pou yo ta jwenn ase.
JER 49:10 Men Mwen te retire rad sou Ésaü. Mwen te dekouvri kote kache li yo jiskaske li pa t ka kache menm. Desandan li yo, moun fanmi li yo, vwazen li yo ak li menm pa egziste menm ankò.
JER 49:11 Kite òfelen ou yo dèyè; Mwen va konsève yo. Kite vèv ou yo mete konfyans yo nan Mwen.”
JER 49:12 Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sila ki pa t kondane pou bwè tas yo va, anverite, bwè l, e èske se ou sèl k ap epanye? Nou p ap epanye, men anverite, nou va bwè l.
JER 49:13 Paske Mwen te sèmante pa Mwen menm”, deklare SENYÈ a: “ke Botsra va devni yon objè degoutan, yon repwòch, yon pil mazi kraze ak yon malediksyon. Tout vil li yo va vin pil mazi.”
JER 49:14 Mwen te tande yon mesaj soti nan SENYÈ a e yon mesaje vin voye pami tout nasyon yo, t ap di: “Rasanble nou ansanm. Vin kont li! Leve pou batay!”
JER 49:15 “Paske gade byen, Mwen te fè nou piti pami nasyon yo, meprize pami lòm.
JER 49:16 Men pou laperèz a ou menm, awogans a kè ou te twonpe ou; ou menm ki rete nan twou wòch yo, ki okipe wotè a kolin nan. Malgre ou fè nich ou wo tankou èg, M ap rale ou desann soti la,” deklare SENYÈ a.
JER 49:17 “Édom va devni yon objè degoutan; chak moun ki pase bò kote li va etone, e va sifle kon koulèv sou tout blesi li yo.
JER 49:18 Tankou boulvèsman Sodome ak Gomorrhe ak vwazen li yo”, di SENYÈ a: “pèsòn p ap viv la, ni p ap gen youn nan fis a lòm ki rete la.
JER 49:19 “Gade byen, youn va monte kon yon lyon ki soti nan rakbwa Jourdain an kont yon patiraj ki tèlman byen wouze; pou yon moman, mwen va fè l kouri kite li e nenpòt moun ki deziye, Mwen va bay li pouvwa sou li. Paske se kilès ki tankou Mwen menm? E se kilès k ap voye pwosè vèbal tribinal ban Mwen? Alò, se kilès ki bèje ki ka kanpe devan Mwen?”
JER 49:20 Pou sa, koute plan ke SENYÈ a fòme kont Édom ak objektif ke Li te fòme kont moun ki rete Théman yo: Anverite, yo va trennen yo deyò, menm pi piti nan bann mouton an. Anverite, Li va fè patiraj yo vin dezole akoz de yo menm.
JER 49:21 Latè te souke akoz bri chit yo. Gen yon gwo kri anmwey! Bri li te rive jis nan Lamè Wouj.
JER 49:22 Gade byen, Li va monte, desann kon yon èg e lonje zèl li kont Botsra. Kè a moun pwisan yo va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.
JER 49:23 Konsènan Damas. “Hamath ak Arpad fè wont nèt, paske yo te resevwa move nouvèl. Yo dekouraje. Kouraj yo ba nèt. Gen enkyetid bò lanmè a; li pa ka kalme.
JER 49:24 Damas vin enpwisan nèt; li te vire sove ale, e gwo laperèz fin sezi li. Gwo doulè ak sezisman pran l tankou yon fanm k ap akouche.
JER 49:25 Ki jan vil lwanj Mwen an pa vin dezète, vil lajwa Mwen an!
JER 49:26 Konsa, jennonm pa l yo va tonbe nan ri li yo e tout mesye lagè yo va tonbe an silans nan jou sa a,” deklare SENYÈ dèzame yo.
JER 49:27 Mwen va mete dife nan miray Damas lan e li va devore tou bèl palè Ben-hadad yo.
JER 49:28 Konsènan Kédar ak wayòm a Hatsor yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran nan batay. Konsa pale SENYÈ a: “Leve monte Kédar e detwi mesye nan lès yo.
JER 49:29 Yo va pran tant yo ak bann mouton yo; yo va pote pou kont yo tout rido tant yo, tout byen yo ak tout chamo yo e yo va rele a youn lòt: ‘Gwo laperèz tout kote!’
JER 49:30 “Kouri, sove ale! Rete nan pwofondè yo, o pèp Hatsor a”, deklare SENYÈ a: “Paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran konsey kont nou, e te fome yon plan kont nou.
JER 49:31 Leve monte kont yon nasyon ki alèz, ki viv ansekirite,” deklare SENYÈ a: “Li pa gen pòtay, ni fè fòje; yo rete pou kont yo.”
JER 49:32 Chamo pa yo va devni piyaj, gran kantite bèt yo va sèvi kon bagay sòlda pran, Mwen va gaye bay tout van yo a sila ki koupe kwen cheve yo; e Mwen va mennen sou yo gwo dezas ki sòti tout kote,” deklare SENYÈ a.
JER 49:33 “Hatsor va vin yon kote pou chen mawon, yon kote dezole jis pou tout tan. P ap gen moun ki rete la, ni yon grenn nan fis a lòm p ap rete ladann.”
JER 49:34 Sa ki te sòti kon pawòl SENYÈ a konsènan Élam, nan kòmansman règn a Sédécias, wa Juda a, t ap di:
JER 49:35 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Gade byen, Mwen va kraze banza Élam nan, pi fò nan pwisans pa yo.
JER 49:36 Mwen va mennen sou Élam kat van ki sòti nan kat pwent syèl yo, e Mwen va gaye pèp yo a tout van sa yo. P ap gen nasyon kote moun rejte a Élam yo pa prale.
JER 49:37 Konsa, Mwen va kraze Élam devan lènmi yo ak devan sila k ap chache lavi yo. Mwen va mennen gwo kalamite sou yo, menm kòlè sovaj Mwen’, deklare SENYÈ a. ‘Mwen va voye nepe kont yo jiskaske Mwen fin manje yo nèt.
JER 49:38 Epi Mwen va mete twòn pa Mwen nan Élam, e Mwen va detwi wa pa yo ak ofisye pa yo,’ deklare SENYÈ a.
JER 49:39 ‘Men li va vin rive nan dènye jou yo, ke Mwen va restore fòtin Élam yo’, deklare SENYÈ a.”
JER 50:1 Pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Babylone, peyi Kaldeyen yo, pa Jérémie, pwofèt la:
JER 50:2 “Deklare e pwoklame pami nasyon yo. Pwoklame sa e leve yon drapo. Pa kache sa, men di: ‘Babylone te kaptire Bèl gen tan plen regrè, Merodac fin nan gwo twoub! Imaj li yo fè wont, e zidòl li yo fin san zespwa.’
JER 50:3 Paske yon nasyon gen tan monte kont li soti nan nò; sa va fè peyi li vin yon objè degoutan e p ap genyen moun ki rete ladann. Ni moun, ni bèt fin egare ale; yo ale nèt!
JER 50:4 “Nan jou sa yo ak nan lè sa a,” deklare SENYÈ a: “Fis Israël yo va vini, ni yo menm, ni fis a Juda yo tou; yo va avanse ap kriye pandan yo prale e se SENYÈ a, Bondye ke yo va chache a.
JER 50:5 Yo va mande pou chemen ki ale nan Sion an, e vire figi yo vè direksyon li. Yo va di ‘Vin mete tèt nou ak SENYÈ a, nan yon akò k ap dire jis pou tout tan, youn ki p ap janm bliye.’
JER 50:6 Pèp Mwen an gen tan vin mouton ki pèdi. Bèje yo te egare yo. Yo te fè yo vire akote mòn yo. Yo te avanse soti sou mòn pou rive sou kolin, e yo te bliye plas repo yo.
JER 50:7 Tout moun ki rive sou yo te devore yo; epi advèsè yo te di: ‘Nou pa koupab, paske se yo ki te peche kont SENYÈ ki se abitasyon ladwati a, menm SENYÈ a, espwa a papa zansèt yo.’
JER 50:8 “Detounen kite mitan Babylone! Sòti nan peyi Kaldeyen yo. Fè konsi se mal kabrit k ap mache nan tèt bann mouton an.
JER 50:9 Paske gade byen, Mwen va leve fè parèt kont Babylone, yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a. Yo va rale lign batay yo kont li. Depi la, yo va vin an kaptivite. Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè, ki pa janm retounen men vid.
JER 50:10 Chaldée va vin yon viktim; tout moun ki piyaje li va jwenn kont yo,” deklare SENYÈ a.
JER 50:11 “Akoz nou kontan, akoz nou ap fete, o nou menm ki te konn piyaje eritaj Mwen an; akoz nou fè sote tankou yon jenn gazèl k ap foule sereyal; epi ki vin ranni kon jenn poulen,
JER 50:12 manman nou va tèlman wont, sila ki te bay nou nesans lan va imilye. Gade byen, li va pi piti pami nasyon yo, yon savann, yon peyi sèch, yon dezè.
JER 50:13 Akoz endiyasyon SENYÈ a, li p ap abite, men li va dezole nèt. Tout moun ki pase kote Babylone va vin sezi. E va sifle kon koulèv akoz tout dega li yo.
JER 50:14 Monte lign batay ou kont Babylone tout kote, nou tout ki konn koube banza. Tire sou li. Pa konsève flèch nou yo, paske li te peche kont SENYÈ a.
JER 50:15 Leve kriye batay la kont li tout kote! Li te tonbe. Mi defans li yo fin tonbe, miray li yo fin demoli. Paske sa se vanjans SENYÈ a. Pran vanjans sou li. Jan li te konn fè a, fè l konsa.
JER 50:16 Koupe retire kiltivatè Babylone nan; ak sila ki voye kouto nan lè rekòlt la. Akoz krent nepe opresè a, yo chak va retounen vè pwòp pèp pa yo, e yo chak va sove ale nan pwòp peyi yo.
JER 50:17 “Israël se yon bann moun kap kouri devan lachas lyon an te chase yo ale. Premye ki te devore li a se te wa Assyrie a, e dènye ki te kraze zo li yo se te Nebucadnetsar, wa Babylone nan.”
JER 50:18 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va pini wa Babylone nan ak peyi li a, menm jan ke M te pini wa Assyrie a.
JER 50:19 Epi Mwen va mennen Israël retounen nan patiraj li e li va jwenn manje li sou Carmel ak sou Basan; epi dezi li va satisfè nan peyi kolin Éphraïm ak Galaad yo.
JER 50:20 Nan jou sa yo ak nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “rechèch va fèt pou jwenn inikite Israël la, men p ap genyen; epi pou peche a Juda yo, men yo p ap jwenn; paske Mwen va padone sila ke M kite kon retay yo.”
JER 50:21 “Kont peyi Merathaïm nan monte; kont li ak kont moun Pékod yo. Touye yo e detwi yo nèt,” deklare SENYÈ a; “epi fè selon tout sa ke M te kòmande nou yo.
JER 50:22 Bri batay la nan peyi a ak destriksyon an vin gran.
JER 50:23 Gade kijan mato k ap frape tout latè a fin koupe an mòso e kraze! Gade kijan Babylone te vin yon objè degoutan pami nasyon yo!
JER 50:24 Mwen te poze yon pèlen pou ou e ou menm te kenbe tou, o Babylone. Pandan ou pa t menm konnen, ou tou te dekouvri, e te pran, akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”
JER 50:25 SENYÈ a te ouvri depo zam Li. Li te fè parèt zam endiyasyon Li yo, paske Senyè BONDYE Dèzame yo gen travay ki pou fèt nan peyi Kaldeyen yo.
JER 50:26 Vin kote li soti nan lizyè ki pi lwen an. Ouvri depo li yo. Anpile li kon gwo pil. Detwi li nèt. Pa kite anyen rete pou li.
JER 50:27 Mete tout jenn towo li yo a nepe. Kite yo desann nan masak la! Malè a yo menm, paske jou pa yo a rive, lè pinisyon pa yo a.
JER 50:28 Tande bri a sila k ap sove ale yo, ak sila k ap pran flit kite tè Babylone nan, pou deklare an Sion vanjans a SENYÈ Bondye nou an; vanjans pou tanp Li an.
JER 50:29 “Rele anpil kont Babylone, tout sila ki konn koube banza yo. Fè kan kont li tout kote, pa bay li mwayen pou chape menm. Rekonpanse li selon zèv li yo. Selon tout sa li te fè yo, konsa fè li; paske li te vin awogan kont SENYÈ a, kont Sila Ki Sen an Israël la.
JER 50:30 Pou sa, jennonm pa l yo va tonbe nan lari; e tout mesye lagè li yo va tonbe an silans nan jou sa a,” deklare SENYÈ a.
JER 50:31 “Gade byen, Mwen kont ou, O sila ki plen awogans lan”, deklare Senyè BONDYE dèzame yo, “Paske jou pa ou a fin rive, lè ke M va pini ou a.
JER 50:32 Sila ki awogan an va glise tonbe, san pèsòn pou leve li; epi Mwen va mete dife nan vil li yo e li va devore tout andwa l yo.”
JER 50:33 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Fis Israël yo vin oprime, ansanm ak fis a Juda yo. Tout moun ki te pran yo an kaptivite yo te kenbe yo di. Yo te refize lage yo.
JER 50:34 Redanmtè yo a fò. SENYÈ dèzame yo se non Li; Li va plede ka yo ak gwo fòs pou L ka mennen lapè sou tè a, ak gwo twoub sou sila ki rete Babylone yo.
JER 50:35 “Yon nepe kont Kaldeyen yo”, deklare SENYÈ a: “Kont moun ki rete Babylone yo, kont ofisye li yo ak mesye saj li yo!
JER 50:36 Yon nepe kont moun anfle yo; yo va devni moun fou! Yon nepe kont mesye pwisan li yo; yo va twouble nèt!
JER 50:37 Yon nepe kont cheval li yo, kont cha lagè yo, kont tout etranje ki rete nan mitan l yo e yo va vin tankou fanm! Yon nepe rete sou trezò li yo, e yo va piyaje!
JER 50:38 Yon sechrès sou dlo li yo, e yo va vin sèch nèt! Paske se yon peyi imaj taye, e yo fou pou zidòl sa yo.
JER 50:39 Akoz sa, bèt dezè yo va viv la, ansanm ak chen mawon. Anplis, otrich va viv ladann, e li p ap janm gen moun ladann ankò, ni moun k ap viv la de jenerasyon an jenerasyon.
JER 50:40 “Tankou lè Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe ak vwazen li yo,” deklare SENYÈ a: “Nanpwen moun k ap viv la, ni fis a lòm k ap rete ladann.
JER 50:41 “Gade byen, yon pèp ap vini soti nan nò, Yon gwo nasyon ak anpil wa va leve soti nan dènye pwent latè.
JER 50:42 Yo sezi banza yo, ak lans yo; yo mechan e yo san mizerikòd. Vwa yo gwonde tankou lanmè. Yo monte sou cheval yo, chaken byen òdone tankou moun pou fè batay kont ou, O fi a Babylone nan.
JER 50:43 Wa Babylone nan te tande rapò de yo, e men li pann san fòs. Gwo dekourajman sezi li; gwo doulè tankou yon fanm k ap pouse pitit.
JER 50:44 Gade byen, youn va monte kon yon lyon soti nan rakbwa Jourdain an, rive nan yon abitasyon byen fò; paske nan yon moman, Mwen va fè yo kouri kite li. Epi nenpòt moun ki chwazi, Mwen va dezinye l mete sou li. Paske se kilès ki tankou Mwen? E se kilès k ap fè m tann lè M? Kilès ki bèje ki ka kanpe devan M?”
JER 50:45 Pou sa, tande konsèy SENYÈ a, ke li te fè kont Babylone; plan ke Li deja fòme kont peyi Kaldeyen yo: Anverite, yo va vin trennen deyò, menm piti nan bann mouton yo. Anverite, li va fè abitasyon yo dezole sou yo.
JER 50:46 Latè vin souke ak gwo kri “Babylone te vin pran!” E gwo kri sa a vin tande pami nasyon yo.
JER 51:1 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va fè leve kont Babylone e kont moun k ap viv Chaldée yo, lespri a yon van kap detwi.
JER 51:2 Mwen va voye etranje yo Babylone pou yo ka vannen l, pou yo kapab devaste peyi li a; paske tout kote nan jou gwo malè li a, yo va kont li toupatou.
JER 51:3 Kont sila a ki koube a, kite achè koube banza li. Kont sila a ki leve nan pwotèj li yo, pa kite jennonm li yo chape! Touye tout lame li nèt!
JER 51:4 Yo va tonbe atè mouri nan peyi Kaldeyen yo, frennen nèt, kouche nan lari yo.
JER 51:5 Paske ni Israël, ni Juda te abandone pa Bondye yo a, SENYÈ dèzame yo; sepandan, peyi yo plen koupabilite devan Sila Ki Sen an Israël la.
JER 51:6 “Sove ale soti nan mitan Babylone! Nou chak sove lavi nou! Pa vin koupe retire nan inikite l, paske sa se lè vanjans SENYÈ a. Li va rann rekonpans bay li.
JER 51:7 Babylone te yon tas fèt an lò nan men SENYÈ a, ki te fè tout mond lan vin sou. Nasyon yo te bwè nan diven li an; akoz sa, nasyon yo ap vin anraje.
JER 51:8 Sibitman, Babylone vin tonbe e kraze nèt; rele anmwey sou li! Pote pomad pou doulè li. Petèt li ka geri.
JER 51:9 “Nou te pito gerizon pou Babylone, men li pa t geri. Abandone l. Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou; paske jijman li an fin rive nan syèl la, e leve wo rive jis nan syèl yo.
JER 51:10 ‘SENYÈ a te mennen ladwati nou an. Vini, annou rakonte depi nan Sion zèv a SENYÈ a, Bondye nou an!’
JER 51:11 “File flèch, plen fouwo yo! Kenbe pwotèj yo djanm! SENYÈ a te fè leve lespri a wa yo nan Médie, paske volonte L kont Babylone, pou detwi li. Paske se vanjans SENYÈ a, vanjans pou tanp Li an.
JER 51:12 Leve yon sinyal kont miray Babylone yo! Plase yon gad byen fò! Pozisyone santinèl yo, mete gason an anbiskad. Paske SENYÈ a pa t sèlman fè plan, men te acheve objektif sa Li te pale konsènan sila ki rete Babylone yo.
JER 51:13 O nou menm ki rete bò kote anpil dlo yo, plen ak richès yo, dènye lè nou an gen tan rive, mezi gwo lanvi nou.
JER 51:14 SENYÈ dèzame yo te sèmante pa kont Li. Li te di: ‘Anverite, mwen va plen nou ak moun kon yon gwo foul krikèt volan e yo va kriye fò ak gwo kri laviktwa sou nou.’
JER 51:15 “Sila ki te fè latè a ak fòs pouvwa Li a, ki te etabli lemonn ak sajès Li, e ak bon konprann Li, te etabli syèl yo.
JER 51:16 Lè vwa L sone, yon gwo kaskad dlo desann nan syèl yo, e Li fè nwaj monte soti nan dènye pwent latè yo. Li fè loray pou lapli, e mennen van parèt sòti nan depo Li yo.
JER 51:17 “Tout lòm gen tan fè bèt, san okenn konesans; tout òfèv yo fè wont akoz imaj fonn yo, paske imaj fonn yo se yon desepsyon e nanpwen souf nan yo.
JER 51:18 Yo san valè, yon zèv pou moke moun; nan tan pinisyon yo, yo va peri.
JER 51:19 Pòsyon Jacob pa tankou sa yo; paske Sila ki fè tout bagay la se Li menm e selon tribi eritaj Li a, SENYÈ dèzame yo se non L.
JER 51:20 “Li di: “Ou se baton lagè M ak zam lagè M yo; epi avèk ou, Mwen kraze nasyon yo. Avèk ou, Mwen detwi wayòm yo.
JER 51:21 Avèk ou, Mwen kraze cheval la ak sila ki monte sou li. Avèk ou, mwen kraze cha lagè a, ak sila ki monte ladann nan.
JER 51:22 Avèk ou, Mwen kraze ni gason, ni fanm. Avèk ou, Mwen kraze jennonm nan ak vyèj la.
JER 51:23 Avèk ou, Mwen kraze bèje a ak bann mouton li an. Avèk ou, Mwen kraze kiltivatè a ak bèf cha li yo Avèk ou, Mwen kraze majistra yo ak prefè yo.
JER 51:24 “Mwen va rekonpanse Babylone ak tout pèp Chaldée a pou tout mechanste ke yo te fè nan Sion devan zye nou”, deklare SENYÈ a.
JER 51:25 “Gade byen, Mwen kont ou O mòn k ap detwi, ki detwi tout tè a,” deklare SENYÈ a: “Mwen va lonje men M kont ou, fè ou woule desann soti nan kwen falèz byen wo yo e Mwen va fè ou vin yon mòn ki fin brile nèt.
JER 51:26 Yo p ap pran nan men ou, menm yon wòch pou fè kwen, ni yon wòch pou fondasyon yo, men ou va dezole jis pou tout tan,” deklare SENYÈ a.
JER 51:27 “Leve yon sinyal nan peyi a, soufle yon twonpèt pami nasyon yo! Konsakre nasyon yo kont li! Rele kont li wayòm Ararat, Minni ak Aschkenaz yo! Chwazi yon gwo chèf kont li; leve cheval tankou yon foul krikèt volan voras.
JER 51:28 Konsakre nasyon yo kont li, Wa a Médie yo, majistra pa yo ak prefè yo, ak tout peyi ke yo konn domine yo.
JER 51:29 Peyi a ta tranble e tòde; paske volonte a SENYÈ a kont Babylone kanpe, pou fè peyi Babylone vin yon dezolasyon san moun.
JER 51:30 Mesye pwisan a Babylone yo te sispann goumen; yo rete nan sitadèl fòtifye yo. Fòs yo fin epwize nèt. Yo vin tankou fanm. Lakay yo pran dife. Fè fòje sou pòtay li yo fin kraze.
JER 51:31 Youn kouri rankontre yon lòt; yon mesaje rankontre yon lòt, pou pale wa Babylone nan ke vil li a fin kaptire, soti nan yon pwent pou rive nan yon lòt.
JER 51:32 Kote pou yo janbe rivyè yo fin sezi tou. Yo te brile marekaj yo ak dife, e sòlda lagè yo vin sezi ak gwo laperèz.”
JER 51:33 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Fi Babylone nan tankou yon glasi vannen. Nan lè li, li foule byen solid, men nan yon ti tan, sezon rekòlt la rive sou li.”
JER 51:34 “Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te devore mwen. Li te kraze mwen. Li te depoze mwen tankou yon boutèy vid. Tankou yon dragon, li te vale mwen. Li te plen vant li ak bagay liks mwen yo. Li te lave mwen ale nèt.
JER 51:35 Ke vyolans anvè mwen an, e anvè chè mwen an, kapab tonbe sou Babylone.” Pèp Sion an va di: “Ke san mwen kapab tonbe sou moun Chaldée yo”, Jérusalem va di.
JER 51:36 “Akoz sa”, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va plede ka ou, e egzije vanjans nèt pou ou. Mwen va seche lanmè li, e fè sous li yo vin sèch.
JER 51:37 Babylone va devni yon gwo pil ranblè, yon kay pou chen mawon, yon objè degoutan, ak sifle kon koulèv, san gen moun ki rete ladann.
JER 51:38 Yo va gwonde ansanm kon jenn lyon, yo va gwonde kon pitit a lyon.
JER 51:39 Lè yo vin rive cho ase, mwen va sèvi yo bankè yo, e fè yo sou, pou yo ka fè kè kontan nèt e dòmi nèt, pou yo pa leve ankò menm”, deklare SENYÈ a.
JER 51:40 “Mwen va bese yo tankou jenn mouton nan labatwa, kon belye ansanm ak mal kabrit.
JER 51:41 “Gade kijan Schéschac fin kaptire! Kijan glwa a tout tè a vin pran! Gade kijan Babylone devni yon objè degoutan pami nasyon yo!
JER 51:42 Lanmè fin monte sou Babylone; li te anvayi pa move vag li yo.
JER 51:43 Vil li yo te devni yon objè degoutan e lèd, yon peyi sèk, yon dezè, yon peyi kote moun pa viv e pami sila, yon fis a lòm pa menm pase.
JER 51:44 Mwen va pini Bel nan Babylone e Mwen va fè sa li te vale a sòti nan bouch li. Nasyon yo p ap kouri ankò kote li. Menm miray Babylone nan va tonbe!
JER 51:45 “Sòti nan mitan li, pèp Mwen an e nou chak sove tèt nou de kòlè SENYÈ a.
JER 51:46 Alò, pa kite kè nou vin febli e pa pè rapò k ap tande nan tout peyi a, paske rapò a va rive nan yon ane, e apre yon lòt rapò nan yon lòt ane, gen vyolans nan peyi a, e yon wa kont yon lòt wa.
JER 51:47 Pou sa, gade byen, jou yo ap vini lè Mwen va pini zidòl taye a Babylone yo. Konsa, tout peyi li a va vin wont, e tout mò li yo va tonbe nan mitan li.
JER 51:48 Answit, syèl ak tè a ak tout sa ki ladann va rele fò ak jwa sou Babylone; paske destriktè yo va vin kote li soti nan nò,” deklare SENYÈ a.
JER 51:49 “Anverite, Babylone gen pou tonbe pou sila ki te touye an Israël yo. Menm jan pou Babylone an, moun de tout peyi a va tonbe.
JER 51:50 Nou menm ki te chape anba nepe yo, sòti! Pa rete menm! Sonje SENYÈ a de lwen; kite Jérusalem parèt nan lespri ou.
JER 51:51 “Nou vin wont akoz nou te tande repwòch. Wont lan fin kouvri figi nou, paske etranje yo te antre kote ki sen lakay SENYÈ a.”
JER 51:52 “Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va fè jijman sou zidòl taye yo. Konsa, sila ak blesi mòtèl yo va plenyen nan tout peyi li a.
JER 51:53 Malgre Babylone ta monte nan syèl la, e malgre li ta ranfòse sitadèl li a; destriktè yo va soti kote Mwen, e destriktè yo va rive kote li”, deklare SENYÈ a.
JER 51:54 “Bri a gwo kri k ap sòti Babylone, ak gwo destriksyon k ap soti nan peyi Kaldeyen yo!
JER 51:55 Paske SENYÈ a va detwi Babylone. Li va fè gran vwa a li te konn fè a sispann; vag lanmè yo ki tap gwonde kon anpil dlo, ak gwo son a vwa yo ki tap retanti toupatou.
JER 51:56 Paske sila k ap detwi a fin rive sou li, sou Babylone nan menm. Mesye pwisan li yo fin kaptire. Banza yo fin kraze nèt. Paske SENYÈ a se yon Bondye k ap bay rekonpans. L ap rekonpanse nèt.
JER 51:57 Mwen va fè prens li yo ak saj li yo sou; menm majistra li yo ak prefè li yo. Konsa, yo ka dòmi yon dòmi san rete pou yo pa leve menm”, deklare Wa a, ki rele SENYÈ dèzame yo.
JER 51:58 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Miray Babylone nan ki tèlman laj va vin demoli nèt. Wo pòtay li yo va pran dife. Donk, pèp yo va travay di pou ryen, e nasyon yo va bouke nèt akoz dife a.”
JER 51:59 Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande Seraja, fis a Nérija a, pitit pitit gason a Machséja, lè l te ale ak Sédécias, wa Juda a, Babylone nan katriyèm ane règn li a. (Alò, Seraja te chèf dirijan lakay wa a.)
JER 51:60 Konsa, Jérémie te ekri nan yon sèl woulo tout malè ki ta rive sou Babylone yo, sa vle di tout pawòl sila ki te ekri konsènan Babylone yo.
JER 51:61 Epi Jérémie te di a Seraja: “Depi ou vini Babylone, alò, fè si ke ou li tout pawòl sila yo a wot vwa,
JER 51:62 Epi di: ‘Ou menm, O SENYÈ! Ou te pwomèt, konsènan plas sa a pou koupe retire l nèt, pou pa menm gen anyen ki rete ladann, ni lòm, ni bèt, men li va yon kote dezole jis pou tout tan’.
JER 51:63 Konsa, li va fèt ke depi ou fin li woulo sa a, ou va mare yon wòch sou li e jete l nan mitan rivyè Euphrate la.
JER 51:64 Ou va di: ‘Se konsa Babylone va fonse desann pou l pa leve ankò, akoz malè ke Mwen va mennen sou li; epi yo va vin bouke nèt.’” Jiska prezan, sa se pawòl a Jérémie yo.
JER 52:1 Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a e li te renye pandan onz ane Jérusalem. Non manman l te Hamuthal, fi a Jérémie nan Libna a.
JER 52:2 Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou tout sa ke Jojakim te fè yo.
JER 52:3 Paske akoz kòlè SENYÈ a, bagay sa a te rive Jérusalem ak Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li. Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.
JER 52:4 Alò, li te vin rive nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou nan dizyèm mwa a, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini, li menm ak tout lame li a, kont Jérusalem, te fè kan kont li e te bati yon miray syèj ki te antoure li.
JER 52:5 Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a wa Sédécias.
JER 52:6 Nan Nevyèm jou nan katriyèm mwa a, gwo grangou a te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a.
JER 52:7 Konsa yo te kase antre nan vil la, e tout mesye lagè yo te kouri kite vil la pandan lannwit lan bò kote pòtay ki te antre de miray ki te akote jaden a wa a. Sepandan, Kaldeyen yo te antoure vil la nèt. Yo te ale pa chemen Araba a vle di dezè a.
JER 52:8 Men lame Kaldeyen an te kouri dèyè wa a. Li te rive sou Sédécias nan plèn Jéricho e tout lame li a te gen tan gaye kite li.
JER 52:9 Epi yo te kaptire wa a. Yo te mennen li monte kote wa Babylone nan nan Ribla nan peyi Hamath, e li te kondane li la.
JER 52:10 Wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo devan zye l e anplis, li te touye tout prens Juda yo Ribla.
JER 52:11 Anplis, li te avegle zye a Sédécias. Konsa, wa Babylone nan te anprizone l ak braslè an bwonz, te mennen li Babylone, e te mete l nan prizon jis rive jou ke li te mouri an.
JER 52:12 Alò, nan dizyèm jou nan senkyèm mwa a, ki te diz-nevyèm ane a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, chèf an tèt kò gad la, ki te nan sèvis wa a Babylone nan, te rive Jérusalem.
JER 52:13 Li te brile kay SENYÈ a lakay wa a, ak tout kay Jérusalem yo; menm tout gwo kay yo, li te brile yo ak dife.
JER 52:14 Konsa, tout lame Kaldeyen ki te avèk chèf kò gad yo, te demoli tout miray ki te antoure Jérusalem yo.
JER 52:15 Epi Nebuzaradan, chèf kò gad yo, te mennen, pote an egzil kèk nan moun ki pi malere pami pèp la, tout lòt moun ki te rete nan vil la, sila ki te dezète Jérusalem yo pou ale kote wa Babylone nan ak tout rès moun metye yo.
JER 52:16 Men Nebuzaradan, chèf kò gad la, te kite kèk moun nan pi malere yo pou okipe chan rezen yo, e pou laboure tè a.
JER 52:17 Alò, pilye an bwonz, ki te apatyen a lakay SENYÈ a, baz yo, ak gwo lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kraze yo an mòso e te pote tout bwonz yo Babylone.
JER 52:18 Anplis, yo te pran veso yo, pèl yo, etoufè yo, basen yo, po yo ak tout veso an bwonz ki te sèvi nan tanp lan.
JER 52:19 Anplis, chèf kò gad la te retire bòl yo, plato sann yo, basen yo, po yo, chandelye yo, sa ki te fèt an lò fen ak sa ki te fèt an ajan fen.
JER 52:20 De pilye yo, sèl lanmè a, douz towo an bwonz ki te anba lanmè a, ak baz yo, ke Wa Salomon te fè pou lakay SENYÈ a——bwonz nan tout veso sa yo te depase kontwòl nan pwa.
JER 52:21 Epi pou pilye yo, wotè a chak pilye te diz-uit koude, li te mezire douz koude sikonferans lan, kat dwat nan epesè e vid nan mitan.
JER 52:22 Alò, yon tèt kouvèti an bwonz te sou li; epi wotè a chak tèt kouvèti te senk koude, ak yon sistèm mèch fèt avèk chèn an fil tòde pou tèt kouvèti ak grenad sou tèt kouvèti ki antoure l yo, tout nan bwonz nèt. Epi dezyèm pilye a te tankou sila a, menm ak grenad yo.
JER 52:23 Te gen katre-ven-sèz grenad byen parèt; tout nan grenad yo te kontwole an santèn, sou sistèm mèch la toupatou.
JER 52:24 Epi chèf kò gad la te pran Seraja, chèf prèt la, Sophonie, dezyèm wo prèt la, ak twa ofisye a tanp yo.
JER 52:25 Anplis, li te pran soti nan vil la, yon ofisye ki te yon sipèvizè pou mesye lagè yo, sèt nan konseye wa ki te twouve nan vil yo, grefye a wo kòmandan ki te òganize pèp peyi a ak swasant mesye a pèp ki te twouve nan mitan vil yo.
JER 52:26 Nebuzaradan, chèf kò gad la te pran yo e te mennen yo kote wa Babylone nan Ribla.
JER 52:27 Epi wa Babylone nan te frape yo mete a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath la. Konsa, Juda te mennen ale an egzil kite peyi li.
JER 52:28 Sila yo se moun ke Nebucadnetsar te pote ale an egzil nan setyèm ane a: twa-mil-venn-twa Jwif;
JER 52:29 nan diz-uityèm ane Nebucadnetsar a, ui-san-trant-de moun ki sòti Jérusalem;
JER 52:30 nan venn-twazyèm ane a Nebucadnetsar a, Nebuzaradan, chèf kò gad yo te pote an egzil sèt-san-karant-senk Jwif. Nonb de moun antou te kat-mil moun.
JER 52:31 Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane egzil Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, sou venn-senkyèm jou a mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan premye ane règn li a, te montre favè li a Jojakin, wa Juda a, e te lage li nan prizon.
JER 52:32 Konsa, li te pale dousman avèk li e te mete twòn li pi wo pase twòn a wa ki te avèk li Babylone yo.
JER 52:33 Konsa, Jojakin te chanje rad prizonye li a, e te pran repa li nan prezans a wa a pandan tout rès jou lavi li yo.
JER 52:34 Pou okipe li, li te resevwa yon pòsyon nòmal chak jou pandan tout rès jou lavi li, jis rive jou li te mouri an.
LAM 1:1 A la sèl, vil ki te konn plen moun nan chita sèl! Li vin tankou yon vèv ki te konn byen pwisan pami nasyon yo! Sila ki te konn yon fanm byen gran pami nasyon yo! Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo, Koulye a, se travo fòse li oblije fè!
LAM 1:2 Li kriye byen anmè nan nwit lan. Dlo zye li kouri desann figi l. Pami tout sila ki te renmen l yo, nanpwen moun ki pou bay li rekonfò. Tout zanmi li yo fè l trèt; yo te tounen lènmi l.
LAM 1:3 Juda antre an egzil anba gwo opresyon; anba esklavaj byen di. Li demere pami nasyon yo; pou repo, nanpwen. Tout sila k ap pèsekite l yo, fin sezi li nan mitan gwo twoub li.
LAM 1:4 Chemen Sion yo ap fè dèy; pèsòn pa rive nan fèt li yo. Tout pòtay li yo vin dezole. Prèt li yo ap plenn nan gòj, vyèj li yo vin aflije, e li menm, li vin anmè.
LAM 1:5 Advèsè li yo te vin mèt li. Lènmi li yo ap byen reyisi; paske SENYÈ a te koze doulè l, akoz gwo kantite transgresyon li yo. Pitit li yo se prizonye devan advèsè yo.
LAM 1:6 Tout majeste fin kite fi a Sion an. Prens li yo vin tankou sèf ki pa t jwenn patiraj. Yo sove ale san rezistans devan mèt lachas la.
LAM 1:7 Jérusalem sonje tout bagay presye li yo nan jou afliksyon li. Tout bèl bagay ki te la depi nan jou ansyen yo; lè pèp li a te tonbe nan men a advèsè a, e pat gen okenn moun ki pou ede l. Advèsè yo te wè l. Yo te giyonnen l akoz tristès li.
LAM 1:8 Jérusalem te fè gwo peche. Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp. Tout sila ki te konn louwe l yo, meprize l akoz yo te wè li toutouni. Menm li menm plenn nan gòj, e vire an aryè.
LAM 1:9 Depi nan jip li, salte a te la. Li pa t konsidere davni li. Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan. Nanpwen moun pou konsole l. “Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an; paske ènmi an vante tèt li. Li vin ògeye!”
LAM 1:10 Advèsè a te lonje men l sou tout bagay presye fi a te genyen; li te wè ènmi yo antre nan sanktyè li a; sila ke Ou menm te kòmande pou yo pa antre nan asanble Ou a.
LAM 1:11 Tout pèp li a plenn nan gòj. Yap chache pen. Tout sa ak valè deja vèse bay pou manje, pou kenbe nanm yo vivan an. “Gade, O SENYÈ, paske mwen vin meprize.”
LAM 1:12 Èske sa pa anyen pou nou tout ki pase nan wout sa a? Gade pou wè si genyen yon doulè ki tankou doulè mwen an, doulè ki te pase vin nan men m nan, avèk sila SENYÈ a te aflije m nan jou a gran kòlè Li a.
LAM 1:13 Soti anwo, Li te voye dife antre nan zo m, e l ap domine yo. Li te ouvri yon pèlen pou pye m; Li te fè m vire fè bak. Li te fè m vin dezole, fèb tout lajounen.
LAM 1:14 Jouk transgresyon mwen yo vin mare; ak men Li yo koude nèt ansanm. Yo te rive jis nan kou m; Li te fè fòs mwen vin kraze disparèt. Senyè a te livre m nan men a sila yo; kont yo, mwen pa ka kanpe.
LAM 1:15 Senyè a te rejte tout mesye pwisan ki nan mitan m yo. Li te rele yon asanble solanèl kont mwen pou kraze jennonm mwen yo. Senyè a te foule, konsi se nan yon pèz rezen, fi vyèj a Juda a.
LAM 1:16 Pou bagay sa yo, mwen ap kriye. Zye m koule ak dlo. Konsolatè k ap rafrechi nanm mwen an lwen m, Nanpwen okenn moun ki ta ka konsole mwen, okenn moun ki ta ka restore nanm mwen. Pitit mwen yo vin dezole akoz ènmi an te vin genyen.
LAM 1:17 Sion lonje men l ouvri nèt. Nanpwen moun ki pou konsole l. SENYÈ a te bay lòd konsènan Jacob, ke sila ki antoure l yo ta lènmi avè l. Jérusalem te devni yon bagay pa pwòp pami yo.
LAM 1:18 SENYÈ a jis; paske mwen te fè rebèl kont lòd Li. Tande koulye a, tout pèp yo e gade byen doulè m nan. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te antre an kaptivite.
LAM 1:19 Mwen te rele vè renmen mwen yo, men yo te fè m desi. Prèt mwen yo ak ansyen mwen yo te peri nan vil la pandan yo t ap chache manje pou restore fòs yo pou kont yo.
LAM 1:20 Gade, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. Lespri m twouble anpil; kè m boulvèse anndan m, paske mwen te fè rebèl anpil. Nan lari, se nepe k ap touye; nan kay, se tankou lanmò.
LAM 1:21 Yo te tande ke m ap plenyen nan gòj; men nanpwen moun ki pou konsole m. Tout lènmi mwen yo tande afè gwo malè m nan. Yo kontan Ou te fè sa. O ke Ou ta mennen jou ke Ou te pwoklame a, pou yo ka vin tankou mwen.
LAM 1:22 Kite tout mechanste yo vini devan Ou. Konsa, aji avèk yo kon Ou te aji avè m nan, pou tout transgresyon mwen yo. Paske plent k ap sòti anndan m yo anpil e kè m vin fèb nèt.
LAM 2:1 Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an ak yon nwaj nan kòlè li! Li te jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la. Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.
LAM 2:2 Senyè a te vale tout nèt. Li pa t epanye tout abitasyon Jacob yo. Nan gwo chalè Li, Li te jete sitadèl fi a Juda a. Li te bese yo nèt jis rive atè. Li te pwofane wayòm nan ak tout prens li yo.
LAM 2:3 Nan gwo chalè, Li te koupe tout fòs Israël la. Li te retire men dwat Li soti devan lènmi an. Konsa, Li te brile Jacob tankou flanm dife ki konsome toupatou.
LAM 2:4 Li te koube banza Li kon yon lènmi. Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè. Konsa, Li te touye tout ki bèl pou gade. Nan tant a fi a Sion an, Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.
LAM 2:5 Senyè a vin tankou yon lènmi. Li te vale Israël nèt. Li te vale tout palè li yo. Li te detwi sitadèl li yo. Li te miltipliye doulè yo ak plent yo nan fi a Juda yo.
LAM 2:6 Ak vyolans, Li te aji sou tanp Li an, konsi se yon tonèl jaden. Li te detwi kote ke Li menm te deziye pou asanble yo. SENYÈ a te fè bliye tout jou fèt ak Saba Sion yo, e Li te meprize ni wa a, ni prèt la nan gwo kòlè Li a.
LAM 2:7 Senyè a te rejte lotèl Li a. Li te abandone sanktyè Li a. Li te livre nan men lènmi an, miray a palè li yo. Yo te fè yon bri nan kay SENYÈ a, konsi li ta nan yon jou fèt deziye.
LAM 2:8 SENYÈ a te pran desizyon pou detwi miray a fi a Sion an. Li te lonje yon lign. Li pa t ralanti men l nan destriksyon. Li te fè ni ranpa, ni miray la plen tristès; y ap kriye ansanm.
LAM 2:9 Pòtay li yo te fonse antre nan tè, Li te detwi e kraze fè fòje a. Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo; lalwa, nanpwen ankò. Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.
LAM 2:10 Ansyen a fi a Sion yo chita atè. Yo rete an silans. Yo te jete pousyè sou tèt yo. Yo abiye yo ak twal sak. Vyèj Jérusalem yo fin bese tèt yo jis a tè a.
LAM 2:11 Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, lespri m vin nan gwo twoub; kè m vin vide atè nèt, akoz fi a pèp mwen an vin detwi e timoun ak tibebe yo ap fennen nan lari vil la.
LAM 2:12 Yo mande manman yo: “Kote sereyal ak diven an?” Konsa, yo fennen tankou yon nonm ki blese nan lari vil yo, pandan lavi yo menm vin vide nan sen manman yo.
LAM 2:13 Kisa pou m ta di ou? A kilès pou m ta konpare ou, O fi Jérusalem nan? A kisa pou m ta di ou sanble pandan mwen ap mennen rekonfò bay ou a, O fi vyèj a Sion an? Paske destriksyon ou an vast tankou lanmè. Se kilès ki ka geri ou?
LAM 2:14 Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo; ki te plen foli. Yo pa t dekouvri inikite ou pou restore ou sòti an kaptivite, men yo te wè pou ou vizyon pòt pawòl ki te fo, ki te egare ou.
LAM 2:15 Tout moun ki pase akote chemen an bat men yo pou moke ou. Yo sifle anlè kon koulèv sou fi Jérusalem nan, epi yo di: “Men èske se vil sa a yo te konn rele ‘pèfeksyon a bèlte a, yon jwa de tout tè a’?”
LAM 2:16 Tout lènmi ou yo te louvri bouch yo laj kont ou. Yo sifle anlè kon koulèv. Yo fwote dan yo. Yo di: “Nou te vale l nèt! Anverite, se jou sa ke nou t ap tann nan. Nou gen tan jwenn li. Nou gen tan wè l.”
LAM 2:17 SENYÈ a te acheve objektif Li; Li te akonpli pawòl Li, pawòl ke Li te kòmande soti nan jou ansyen yo. Li te jete ba, Li pat fè pitye. Li te fè lènmi an rejwi sou ou. Li te egzalte pwisans a advèsè ou yo.
LAM 2:18 Kè yo te kriye fò a Senyè a. O miray a fi Sion an, kite dlo sòti nan zye ou lajounen kon lannwit. Pa aksepte okenn soulajman; 'Pa kite zye ou pran repo.
LAM 2:19 Leve, kriye fò nan nwit lan, nan kòmansman vèy nwit lan! Vide kè ou konsi se dlo devan prezans Senyè a. Leve men ou a Li menm pou lavi pitit ou yo ki fèb nèt ak grangou sou tèt a tout ri yo.
LAM 2:20 Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa? Èske fanm ta dwe manje pwòp pitit pa yo, pitit yo ki te fèt an bòn sante? Èske prèt la ak pwofèt la dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?
LAM 2:21 Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe. Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a; Ou te fè masak, san pitye.
LAM 2:22 Ou te rele nou konsi se nan jou a yon fèt etabli, gwo laperèz mwen yo tout kote. Nanpwen moun ki te chape sòti vivan nan jou kòlè SENYÈ a. Sila ke m te fè e leve yo, lènmi m te anile yo nèt.
LAM 3:1 Mwen se moun ki te wè afliksyon akoz baton kòlè Li a.
LAM 3:2 Li te mennen mwen, e te fè m mache nan tenèb, pa nan limyè.
LAM 3:3 Anverite, li te vire men L kont mwen plizyè fwa, tout jounen an.
LAM 3:4 Li te fè chè m ak po m vin epwize sòti sou mwen, Li te kase zo m yo.
LAM 3:5 Li te jennen mwen e te antoure m ak amètim ak difikilte.
LAM 3:6 Nan kote ki fènwa, li te fè m abite, tankou sila ki fin mouri lontan yo.
LAM 3:7 Li te antoure m anndan pou m pa ka sòti. Li te fè chenn mwen an byen lou.
LAM 3:8 Menm lè m kriye e rele sekou, Li fèmen lapriyè m deyò.
LAM 3:9 Li te bloke wout mwen yo ak wòch taye. Li te fè chemen mwen yo vin kwochi.
LAM 3:10 Li pou mwen tankou yon lous ki kouche ap tann, tankou yon lyon nan kote an kachèt.
LAM 3:11 Li te detounen tout chemen mwen yo e Li te chire mwen an mòso; Li te fè m vin dezole nèt.
LAM 3:12 Li te koube banza Li, e Li te chwazi m kon pwen final pou flèch Li.
LAM 3:13 Li te fè flèch nan fouwo L yo antre nan ren mwen.
LAM 3:14 Mwen te vin yon rizib pou tout pèp mwen an, chante giyonnen yo sonnen tout lajounen.
LAM 3:15 Li te plen mwen ak anmètim. Li te fè m sou ak dlo absent.
LAM 3:16 Li te kase dan m ak gravye. Li fè m kache nan pousyè.
LAM 3:17 Nanm mwen p ap jwenn lapè ankò. Bonè vin bliye pou mwen.
LAM 3:18 Konsa mwen di: “Fòs mwen fin peri, ansanm ak espwa m ki sòti nan SENYÈ a.”
LAM 3:19 Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an; dlo absent ak anmètim ki nan kè m nan.
LAM 3:20 Anverite, nanm mwen sonje yo. Li vin koube anndan mwen.
LAM 3:21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen; pou sa, mwen gen espwa.
LAM 3:22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann, paske mizerikòd Li p ap janm manke.
LAM 3:23 Yo renouvle chak maten. Gran se fidelite Ou.
LAM 3:24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.” Se sa nanm mwen di m. Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
LAM 3:25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo, a moun ki chache Li a.
LAM 3:26 Se bon pou yon nonm gen espwa, e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.
LAM 3:27 Se bon pou yon nonm pote jouk la nan jenès li.
LAM 3:28 Kite li chita apa pou kont li, e rete an silans, akoz Li te poze sa sou li.
LAM 3:29 Kite li mete bouch li nan pousyè, si se konsa, pou l ka gen espwa.
LAM 3:30 Kite li lonje machwè li, bay sila k ap frape l la. Kite li ranpli ak repwòch.
LAM 3:31 Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.
LAM 3:32 Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive; alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.
LAM 3:33 Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije, oswa pou atriste fis a lòm yo.
LAM 3:34 Pou kraze anba pye, tout prizonye nan mond lan,
LAM 3:35 pou retire jistis sou yon nonm nan prezans a Pi Wo a,
LAM 3:36 pou fè yon nonm tò nan pwosè legal pa li, sou bagay sa yo, Senyè a p ap dakò.
LAM 3:37 Se kilès li ye ki pale, e sa vin rive, amwenske Senyè a te pase lòd la?
LAM 3:38 Èske sa ki bon ak sa ki mal pa soti nan bouch a Pi Wo a?
LAM 3:39 Poukisa yon nonm vivan dwe plenyen, yon nonmta plenyen lè l resevwa pinisyon pou pwòp peche l yo?
LAM 3:40 Annou egzamine e sonde wout nou yo pou nou retounen kote SENYÈ a.
LAM 3:41 Annou leve kè nou ak men nou vè Bondye nan syèl la;
LAM 3:42 Nou te peche e nou te fè rebèl; Ou pa t padone.
LAM 3:43 Ou te kouvri nou ak kòlè e te kouri dèyè nou. Ou te touye. Ou pa t gen pitye menm.
LAM 3:44 Ou te kouvri tèt Ou ak yon nwaj lakòlè, pou okenn lapriyè pa ka pase ladann.
LAM 3:45 Ou fè nou kon poupou bèt ak fatra ki rejte nan mitan lòt nasyon yo.
LAM 3:46 Tout lènmi nou yo te ouvri bouch yo laj kont nou.
LAM 3:47 Sezisman ak pyèj tonbe sou nou, ravaj ak destriksyon.
LAM 3:48 Zye m koule nèt ak flèv dlo akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.
LAM 3:49 Zye m koule san sès, san rete menm pou yon ti moman,
LAM 3:50 jiskaske SENYÈ a gade anba soti nan wotè syèl la pou wè.
LAM 3:51 Zye m pote doulè rive nan nanm mwen, akoz tout fi nan vil mwen.
LAM 3:52 Lènmi m yo san koz te fè lachas dèyè m tankou zwazo. Se lènmi m san koz.
LAM 3:53 Yo te fè m rete an silans nan twou fòs la e te poze yon wòch sou mwen.
LAM 3:54 Dlo yo te koule depase tèt mwen. Mwen te di: “Mwen fin koupe retire nèt”!
LAM 3:55 Mwen te rele non Ou, O SENYÈ, depi nan twou fòs pi ba a.
LAM 3:56 Ou te tande vwa m: pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou, ak kriye mwen an.
LAM 3:57 Ou te vin rapwoche lè m te rele Ou a. Ou te di: “Pa pè!”
LAM 3:58 O Senyè, Ou te plede ka pou nanm mwen an. Ou te rachte lavi mwen.
LAM 3:59 O SENYÈ, Ou te wè jan m oprime. Jije ka m nan.
LAM 3:60 Ou te wè tout vanjans pa yo; tout manèv yo kont mwen.
LAM 3:61 Ou te tande repwòch yo, O SENYÈ, tout manèv yo kont mwen.
LAM 3:62 Lèv a sila k ap atake m yo ak konplo yo kont mwen tout lajounen.
LAM 3:63 Gade jan yo chita ak jan yo leve; se mwen ki sijè chan giyonnen yo a.
LAM 3:64 Ou va rekonpanse yo, O SENYÈ, selon zèv men yo.
LAM 3:65 Ou va bay yo yon kè ki di; madichon pa yo va sou yo.
LAM 3:66 Ou va kouri dèyè yo nan kòlè Ou e detwi yo soti anba syèl SENYÈ a!
LAM 4:1 A la briyans lò a vin bese! Lò pi a pa menm ankò! Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.
LAM 4:2 Pyè presye a fis a Sion yo; ki gen valè kon lò fen, gade kijan yo konsidere kon veso tè, travay a potye a!
LAM 4:3 Menm chen mawon yo konn bay tete; yo kite pitit yo souse yo. Men fi a pèp mwen an te vin mechan kon yon otrich nan dezè.
LAM 4:4 Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo, tèlman yo swaf; ti piti yo mande pen, men pèsòn pa kase bay yo.
LAM 4:5 Sila ki te konn manje ti manje delika yo, vin abandone nan lari. Sila ki te leve nan abiman an mov yo ap degaje yo chèche kaka bèf.
LAM 4:6 Paske inikite a fi a pèp mwen an pi gwo ke peche Sodome, ki te boulvèse nan yon moman, san pa t gen men ki boulvèse l.
LAM 4:7 Prens li yo te pi pwòp ke lanèj. Yo te pi blan ke lèt. Yo te pi wouj pase koray. Yo te poli tankou pyè safì.
LAM 4:8 Aparans yo koulye a pi nwa ke poud chabon. Yo pa menm rekonèt yo nan lari. Chè yo vin kole sou zo yo. Li fennen nèt. Li vin tankou bwa.
LAM 4:9 Pi bon se sila ki te touye ak nepe yo, ke sila ki touye ak grangou yo; paske yo vin chagren e epwize akoz mank fwi chan an.
LAM 4:10 Men a fanm ki te konn plen konpasyon yo te bouyi pwòp pitit yo. Yo te devni manje pou yo, akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.
LAM 4:11 SENYÈ a te acheve gwo kòlè Li a. Li te vide gwo kòlè Li a. Li te limen yon dife nan Sion, ki te manje tout fondasyon Li yo.
LAM 4:12 Wa latè yo pa t kwè, ni okenn abitan nan mond lan, ke advèsè ak ènmi an ta ka antre nan pòtay Jérusalem nan.
LAM 4:13 Akoz peche a pwofèt li yo ak inikite a prèt li yo, ki te vèse nan mitan li san a moun ladwati yo.
LAM 4:14 Yo egare e avèg nan lari yo. Yo te vin souye ak san, jiskaske pèsòn pa t ka manyen abiman yo.
LAM 4:15 “Sòti! Pa pwòp!” Yo te kriye a yo menm. “Sòti, sòti, pa touche!” Konsa yo te sove ale, e te mache toupatou. Pami nasyon yo, yo te di: “Yo p ap ka kontinye rete pami nou”.
LAM 4:16 Prezans a SENYÈ a te gaye yo. Li p ap kontinye bay yo swen. Yo pa t onore prèt yo, Yo pa t respekte ansyen yo.
LAM 4:17 Malgre sa, zye nou febli. Chache sekou te vin initil. Nan chache, nou te chache pou yon nasyon ki pa t ka sove.
LAM 4:18 Konsa, yo te fè lachas dèyè nou jiskaske nou pa t ka mache nan lari nou yo. Lafen nou vin pwòch. Jou nou yo fin akonpli, paske dènye moman nou vin rive.
LAM 4:19 Sila ki te kouri dèyè nou yo te pi vit pase èg k ap vole anlè. Yo te fè lachas sou nou nan mòn yo. Yo te kache tann anbiskad pou nou nan savann nan.
LAM 4:20 Souf lè ki nan nen nou, nou menm ki onksyone de SENYÈ a, te vin kaptire nan twou fòs yo, de sila nou te konn di: “Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo”.
LAM 4:21 Rejwi e fè kè kontan, O fi a Edom an, ki rete nan peyi Uts la. Tas la va fè wonn vin jwenn ou tou. Ou va vin sou. Ou va vin toutouni.
LAM 4:22 Pinisyon pou inikite nou yo fin konplete, O fi a Sion an. Li p ap ekzile nou ankò. Li va pini inikite nou an, O fi Edom an. Li va fè parèt tout peche ou yo!
LAM 5:1 Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an. Gade pou wè repwòch nou.
LAM 5:2 Eritaj nou te bay kon don a etranje yo, kay nou yo a moun nou pa konnen.
LAM 5:3 Nou te devni òfelen san papa. Manman nou yo tankou vèv.
LAM 5:4 Nou oblije achte dlo pou nou bwè. Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.
LAM 5:5 Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou. Nou vin bouke nèt. Nanpwen repo pou nou.
LAM 5:6 Nou te vin soumèt devan Egypte ak Assyrie pou nou jwenn ase pen.
LAM 5:7 Papa zansèt nou yo te peche, men yo pa la ankò; se nou menm ki te pote inikite pa yo.
LAM 5:8 Se esklav yo k ap domine sou nou; nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.
LAM 5:9 Nou riske lavi nou pou jwenn pen akoz nepe nan dezè a.
LAM 5:10 Po nou vin kwit tankou yon fou, akoz gwo chalè grangou a.
LAM 5:11 Yo te ravaje tout fanm Sion yo; vyèj lavil a Juda yo.
LAM 5:12 Prens yo te pann pa men yo; ansyen yo te vin pa respekte.
LAM 5:13 Jennonm yo te fòse travay devan moulen an e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.
LAM 5:14 Ansyen yo ale kite pòtay la; jennonm yo ale kite mizik yo.
LAM 5:15 Jwa nan kè nou vin sispann; danse vin ranplase pa fè dèy.
LAM 5:16 Kouwòn nan soti sou tèt nou; malè a nou menm, paske nou te peche!
LAM 5:17 Akoz sa, kè nou febli; akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.
LAM 5:18 Akoz Mòn Sion ki kouche dezole nèt, rena yo fè patwouj ladann.
LAM 5:19 Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan; twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.
LAM 5:20 Poukisa Ou bliye nou jis pou tout tan? Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?
LAM 5:21 Restore nou a Ou menm O SENYÈ, pou nou ka vin restore. Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.
LAM 5:22 Men Ou deja fin rejte nou nèt. Ou rete byen fache nèt ak nou.
EZE 1:1 Alò, li te vin rive nan trèzyèm ane, sou senkyèm jou a Katriyèm mwa a, pandan mwen te akote rivyè Kebar a, pami egzile yo, ke syèl yo te louvri, e mwen te wè vizyon a Bondye.
EZE 1:2 (Sou senkyèm jou nan mwa a, nan senkyèm ane egzil a Wa Jojakin nan,
EZE 1:3 Pawòl SENYÈ a te rive eksprè a Ézéchiel, prèt la, fis a Buzi, nan peyi Kaldeyen yo akote rivyè Kebar a; epi la, men SENYÈ a te vini sou li.)
EZE 1:4 Pandan mwen t ap gade, men gade byen, yon van tanpèt te vini soti nan nò, yon gwo nwaj ak loraj ki t ap tire san rete; yon limyè byen klere te antoure l e nan mitan l, yon bagay tankou metal ki klere nan mitan dife a.
EZE 1:5 Anndan li, te gen fòm ki te sanble kat kreyati vivan. Men ki jan yo te parèt: yo te gen yon fòm tankou moun.
EZE 1:6 Yo chak te gen kat figi ak kat zèl.
EZE 1:7 Janm yo te dwat, pye yo te tankou zago jenn bèf, e yo te klere tankou bwonz poli.
EZE 1:8 Anba zèl yo, nan kat kote yo, te gen men a moun. Yo kat te gen figi ak zèl yo konsa:
EZE 1:9 Zèl pa yo te jwente youn lòt. Yo pa t vire lè yo te deplase. Yo chak te ale tou dwat devan.
EZE 1:10 Pou fòm a figi yo a, yo chak te gen figi tankou a yon moun. Toule kat te gen figi a yon lyon adwat, figi a yon towo agoch, e toule kat te gen figi a yon èg.
EZE 1:11 Se konsa figi yo te ye. Zèl yo te ouvri anlè. Yo chak te gen de ki te touche a yon lòt kreyati e de ki te kouvri kò yo.
EZE 1:12 Epi yo chak te ale tou dwat devan. Nenpòt kote lespri a te prèt pou ale, yo ta ale, san menm vire pandan yo t ap prale a.
EZE 1:13 Nan mitan kreyati vivan yo, te gen yon bagay ki te sanble ak chabon dife, tankou tòch ki t ap file fè ale retou pami kreyati vivan yo. Dife a te klere e loray te vòltije soti nan dife a.
EZE 1:14 Epi kreyati vivan yo te kouri fè ale retou tankou kout loray.
EZE 1:15 Alò, pandan mwen t ap gade kreyati vivan yo, gade byen, te gen yon wou sou tè a akote kreyati vivan yo, pou chak nan kat fas de yo.
EZE 1:16 Wou yo te sanble, jan yo te fèt la, tankou yon wòch krizolit briyan. E toule kat te gen menm fòm. Nan aparans la, jan yo fè l la, yo te fèt konsi yon wou te anndan yon lòt wou.
EZE 1:17 Nenpòt lè yo deplase, yo te deplase nan nenpòt nan kat direksyon yo, san menm vire pandan yo t ap deplase a.
EZE 1:18 Wotè a wou yo te tèlman wo. Yo te etonan. Arebò toule kat te plen ak zye toutotou l nèt.
EZE 1:19 Nenpòt lè kreyati vivan yo te deplase, wou yo te deplase avèk yo. Epi nenpòt lè kreyati vivan yo te leve kite tè a, wou yo te leve tou.
EZE 1:20 Nenpòt kote lespri a te prèt pou ale, yo ta ale nan direksyon sa a. Epi wou yo te leve toupre bò kote yo; paske lespri a kreyati vivan yo te nan wou yo.
EZE 1:21 Nenpòt kote sa yo te ale, sila yo te ale tou. Lè sa yo te kanpe an plas, sila yo te kanpe an plas tou. Epi nenpòt lè sa yo te monte kite tè a, wou yo te leve toupre bò kote yo; paske lespri a kreyati vivan yo te nan wou yo.
EZE 1:22 Alò, anwo tèt a kreyati vivan yo, te gen yon bagay tankou yon gwo espas, tankou yon briyans mèvèy kon kristal, ki te ouvri byen laj sou tèt yo.
EZE 1:23 Anba gwo espas la, zèl yo te lonje dwat, youn anvè lòt. Yo chak te gen de zèl ki te kouvri kò l tou, youn yon kote e youn yon lòt kote.
EZE 1:24 Anplis, mwen te tande son a zèl yo tankou son anpil gwo dlo pandan yo t ap prale, tankou vwa a Toupwisan an, yon son a gwo boulvèsman, tankou son a yon lame ki nan kan li. Nenpòt lè yo sispann fè mouvman, yo lage desann zèl yo.
EZE 1:25 Konsa, te sòti yon vwa depi anwo gran espas lan ki te sou tèt pa yo. Nenpòt lè yo te sispann fè mouvman, yo te lage desann zèl yo.
EZE 1:26 Alò, anwo gwo espas ki te anwo tèt yo a, te gen yon bagay ki te sanble ak yon twòn, tankou yon pyè safì nan aparans. Epi sou sa ki te sanble a yon twòn nan, byen wo, te gen yon fòm ak aparans a yon nonm.
EZE 1:27 Sa mwen te wè, te soti nan aparans a ren Li ak piwo, yon bagay tankou metal klere ki te sanble dife toutotou anndan l. Soti nan aparans a ren Li e piba, mwen te wè yon bagay tankou dife, epi te gen yon ekla limyè ki te antoure Li.
EZE 1:28 Menm jan ak aparans a lakansyèl nan nwaj yo nan jou l ap fè lapli, konsa aparans a ekla limyè ki te antoure li a te ye. Konsa aparans a imaj a glwa a SENYÈ a te ye. Lè m te wè l, mwen te tonbe sou figi mwen, e mwen te tande yon vwa ki t ap pale.
EZE 2:1 Li te di mwen: “Fis a lòm, kanpe sou pye ou pou m ka pale avèk ou!”
EZE 2:2 Pandan Li t ap pale ak mwen an, Lespri a te antre nan mwen. Li te mete mwen sou pye mwen, epi mwen te tande Li pale ak mwen.
EZE 2:3 Li te di m: “Fis a lòm, Mwen ap voye ou kote fis Israël yo, a yon pèp rebèl ki te fè rebèl kont Mwen. Yo menm ak papa zansèt yo te transgrese kont Mwen jis rive jodi a.
EZE 2:4 M ap voye ou kote sila yo ki angran, ki gen tèt di. Ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a.’
EZE 2:5 Pou yo menm, menm si yo koute oswa pa koute—paske se kay rebèl ke yo ye—yo va konnen ke yon pwofèt te pami yo.
EZE 2:6 Epi ou menm, fis a lòm, pa krent yo ni krent pawòl yo, malgre pikan ak zepin avèk ou, e malgre ou chita pami eskòpyon yo. Ni pa krent pawòl yo, ni twouble nan prezans yo, paske se yon kay rebèl ke yo ye.
EZE 2:7 Men ou va pale pawòl Mwen yo avèk yo, menm si yo koute oswa yo pa koute, paske se rebèl yo ye.
EZE 2:8 Alò, ou menm, fis a lòm, koute sa ke M ap pale ou a. Pa vin fè rebèl tankou kay rebèl sila a. Ouvri bouch ou pou manje sa ke M ap bay ou a.”
EZE 2:9 Konsa, mwen te gade e gade byen, yon men te lonje vè mwen menm. Epi alò, yon woulo liv te ladann.
EZE 2:10 Lè L te louvri li devan mwen, li te ekri ni pa devan ni pa dèyè, e ekri sou li, se te lamantasyon, doulè ak mizè.
EZE 3:1 Li te di mwen: “Fis a lòm, manje sa ou jwenn. Manje woulo sa a pou ale pale ak lakay Israël.”
EZE 3:2 Konsa, mwen te louvri bouch mwen eLi te lonje ban m woulo a pou manje.
EZE 3:3 Li te di mwen: “Fis a lòm, bay vant ou manje, e plen kò ou ak woulo sa ke Mwen ap bay ou a.” Alò, mwen te manje li. Li te dous kon siwo myèl nan bouch mwen.
EZE 3:4 Konsa, Li te di mwen: “Fis a lòm, ale lakay Israël pou pale pawòl Mwen yo avèk yo.
EZE 3:5 Paske ou p ap voye kote yon pèp ak langaj ki difisil, men a pèp Israël la.
EZE 3:6 Ni a anpil pèp ak pawòl ki pa ka konprann, ni lang difisil, ak pawòl ke ou p ap ka konprann. Men Mwen voye ou kote sila ki ta dwe koute ou yo.
EZE 3:7 Malgre sa, lakay Israël p ap dakò koute ou, akoz yo p ap dakò koute Mwen menm. Anverite, tout lakay Israël gen tèt di e wondonmon.
EZE 3:8 Gade byen, Mwen te fin fè figi ou di kont figi yo, e fwontèn ou di kont fwontèn yo.
EZE 3:9 Tankou dyaman, pi di pase silèks, Mwen te fè fwontèn ou. Pa krent yo ni vin twouble devan yo, malgre yo se yon kay rebèl.”
EZE 3:10 Anplis, Li te di mwen: “Fis a lòm, pran mete nan kè ou tout pawòl Mwen yo, ke Mwen va pale a ou e koute ak atansyon.
EZE 3:11 Ale kote egzile yo, fis a pèp ou yo. Pale ak yo e di yo, menm si yo koute oswa yo pa koute: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a.’”
EZE 3:12 Konsa, Lespri a te leve mwen monte e mwen te tande yon gwo bri k ap gwonde dèyè m: “Beni se glwa SENYÈ a nan plas Li a.”
EZE 3:13 Epi mwen te tande zèl a kreyati vivan yo, youn k ap touche lòt e bri a wou yo bò kote yo, menm yon gwo bri k ap gwonde.
EZE 3:14 Konsa, Lespri a te leve mwen monte e te pran m ale. Mwen te vini byen anmè ak laraj nan lespri m, e men SENYÈ a te fò sou mwen.
EZE 3:15 Konsa, mwen te vini kote egzile ki te rete akote rivyè Kebar yo nan Thel-Abib. Mwen te chita la, etone nèt pandan sèt jou kote yo te rete a.
EZE 3:16 Nan fen sèt jou yo, pawòl SENYÈ a te vini sou mwen e te di:
EZE 3:17 “Fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Depi lè ou tande yon pawòl sòti nan bouch mwen, avèti yo li soti nan Mwen.
EZE 3:18 Lè Mwen di a mechan an: ‘Ou va, anverite, mouri’ e ou pa avèti li, ni pale fò pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men san li, mwen va egzije li soti nan men ou.
EZE 3:19 Men si ou te avèti mechan an, e li pa kite mechanste li a, ni chemen mechan li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre nanm ou.”
EZE 3:20 “Ankò, lè yon nonm ladwati ta vire kite ladwati pou komèt inikite e Mwen plase yon obstak devan l, li va mouri. Akoz ou pa t avèti li, li va mouri nan peche li e zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje, men san li, mwen va egzije li nan men ou.
EZE 3:21 Sepandan, si ou te avèti nonm dwat la ke moun ladwati pa dwe peche, e li pa peche, li va anverite viv, akoz li te koute avètisman an; epi ou delivre nanm ou.”
EZE 3:22 Men a SENYÈ a te sou mwen la, e Li te di m: “Leve ou menm, ale deyò nan plèn nan, epi la, Mwen va pale avèk ou.”
EZE 3:23 Konsa, mwen te leve ale nan plèn nan. Epi gade byen, glwa a SENYÈ a te kanpe la, tankou glwa ke m te wè akote rivyè Kebar a. Epi mwen te tonbe sou figi m.
EZE 3:24 Nan lè sa a, Lespri a te antre nan mwen. Li te fè m kanpe sou pye m, Li te pale avè m e te di mwen: “Ale, fèmen tèt ou anndan lakay ou.
EZE 3:25 Selon ou menm, fis a lòm, y ap mete kòd sou ou pou mare ou ak yo. Konsa, ou p ap ka sòti deyò pami yo.
EZE 3:26 Mwen va fè lang ou kole anlè bouch ou pou ou vin bèbè e pou ou p ap ka fè yo repwòch, paske lakay yo rebèl.
EZE 3:27 Men lè M pale ak ou, Mwen va ouvri bouch ou e ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’. Sila ki tande a, kite li tande; epi sila ki refize tande a, kite li refize; paske yo se yon kay rebèl.”
EZE 4:1 “Alò, ou menm, fis a lòm, chache pou ou yon mòso mozayik. Mete l devan ou e dezinye yon vil sou li, menm Jérusalem nan.
EZE 4:2 Konsa, poze fè syèj kont li. Bati yon miray syèj, leve teras, fòme kan an, prepare e pozisyone dè belye mouton kont li tout ozanviwon.
EZE 4:3 Ankò, chache pou ou yon plak an fè, pozisyone li tankou yon miray ki fèt an fè antre ou menm ak vil la e mete fas ou anvè li. Li anba syèj. Konsa ou va mete li anba syèj menm. Sa va yon sign pou lakay Israël.
EZE 4:4 “Pou ou menm, kouche sou kote goch ou e mete inikite lakay Israël la sou li. Ou va pote inikite yo pou menm fòs jou ke ou kouche sou li yo.
EZE 4:5 Mwen te kontwole fòs kantite jou ki koresponn a fòs kantite ane a inikite yo; twa-san-katre-ven-di jou. Konsa ou va pote inikite a lakay Israël la.
EZE 4:6 Lè ou fin konplete sila yo, ou va kouche yon dezyèm fwa sou kote dwat ou pou pote inikite lakay Juda a. Mwen te kontwole li pou ou pandan karant jou; yon jou pou chak ane.
EZE 4:7 Konsa, ou va mete figi ou vè syèj a Jérusalem ak bra ou dekouvri pou pwofetize kont li.
EZE 4:8 Alò, gade byen, Mwen va mete kòd sou ou pou ou pa kapab vire soti yon kote a yon lòt jiskaske ou fin konplete jou a syèj ou yo.
EZE 4:9 “Men pou ou menm, pran ble, lòj, pwa, pwa tann, pitimi, ak ble mòn. Mete yo nan yon sèl veso e fè pen ak yo. Ou va manje l selon nonb jou ke ou kouche sou kote ou yo, twa-san-katre-ven-di jou.
EZE 4:10 Manje ke ou va manje a va ven sik pa jou selon pwa li. Ou va manje ladann de tanzantan.
EZE 4:11 Dlo ou bwè a va yon sizyèm en (1 lit pa mezi). Ou va bwè l de tanzantan.
EZE 4:12 Ou va manje li kon gato lòj. Ou va kwit li devan yo ak fimye poupou moun.”
EZE 4:13 Epi SENYÈ a te di: “Konsa fis Israël yo va manje pen pa pwòp yo pami nasyon kote m ap chase yo ale yo.”
EZE 4:14 Men mwen te di: “Ah Senyè BONDYE! Mwen pa t janm konn souye nanm mwen. Paske depi nan jenès mwen jis rive koulye a, mwen pa t janm manje sa ki te mouri pou kont li, oswa ki te chire pa bèt sovaj, ni okenn vyann ki pa t pwòp pa t janm antre nan bouch mwen.”
EZE 4:15 Konsa, Li te di mwen: “Men gade, m ap bay ou kaka bèf pou ranplase poupou moun nan. Sou li menm ou va prepare pen ou an.”
EZE 4:16 Anplis ke sa, Li te di mwen: “Fis a lòm, gade byen, Mwen va kase pen sa a nan Jérusalem. Yo va manje pen mezire selon pwa, e ak kè twouble. Yo va bwè dlo pa mezi ak gwo laperèz
EZE 4:17 ke pen ak dlo va vin ra. Konsa, yo va etone youn lòt e yo vin deperi nan inikite yo.”
EZE 5:1 “Pou ou menm, Fis a lòm, pran yon nepe byen file. Pran l pou sèvi kon razwa sou tèt ou ak bab ou. Epi pran yon balans pou peze e divize cheve a.
EZE 5:2 Yon tyè, ou va brile nan dife nan mitan vil la, lè jou syèj yo vin fini. Epi ou va pran yon tyè e frape l avèk nepe toupatou nan vil la e yon tyè, ou va gaye nan van. Konsa, Mwen va rale yon nepe fè l sòti nan fouwo pa dèyè yo.
EZE 5:3 Pran osi, kèk grenn nan cheve a, pa anpil, e mare yo nan pwent wòb ou.
EZE 5:4 Ankò, pran kèk nan yo pou jete nan dife, e brile yo nan dife a. Soti nan li, yon dife va gaye rive nan tout lakay Israël la.
EZE 5:5 “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sa se Jérusalem. Mwen te mete li nan mitan a nasyon yo ak peyi ki antoure li yo.
EZE 5:6 Men li te fè rebèl kont lòd Mwen yo pi mal pase nasyon yo, e kont règleman Mwen yo, plis ke peyi ki antoure li yo. Paske yo te rejte lòd Mwen yo, e pa t mache nan règleman Mwen yo.’
EZE 5:7 “Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou gen plis twoub pase nasyon ki te antoure ou yo, ou pa t mache nan règleman Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd a nasyon ki te antoure ou yo’;
EZE 5:8 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen, Mwen menm kont ou, e Mwen va egzekite jijman pami nou pou tout lòt nasyon yo ka wè.
EZE 5:9 Akoz tout abominasyon nou yo, Mwen va fè pami nou sa ke Mwen pa t fè, e tankou sa Mwen p ap janm fè ankò.
EZE 5:10 Pou sa, papa yo va manje fis yo pami nou, e fis yo va manje papa yo. Paske Mwen va egzekite jijman sou nou e gaye tout retay nou yo nan tout van.
EZE 5:11 Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a: ‘Anverite, akoz nou te souye Sanktyè pa M nan ak tout zidòl abominab nou yo, e ak tout abominasyon nou yo, konsa M ap desann nou. Pou sa, Zye m p ap gen pitye, e Mwen p ap epanye pèsòn.
EZE 5:12 Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”
EZE 5:13 Konsa, kòlè M va acheve. Mwen va satisfè gwo mekontantman Mwen sou yo, e Mwen va satisfè. Epi yo va vin konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Mwen te pale ak zèl lè Mwen te achevi kòlè Mwen sou yo a.
EZE 5:14 “‘Anplis, Mwen va fè ou vin yon kote dezole ak yon objè repwòch pami nasyon ki antoure ou yo, nan zye a tout sila ki pase la yo.
EZE 5:15 Konsa, sa va yon repwòch, yon ensilt, yon avètisman e yon objè degoutan pou nasyon ki antoure ou yo lè Mwen egzekite jijman kont ou nan kòlè Mwen, mekontantman, ak repwòch plen ak raj— Mwen, SENYÈ a fin pale—
EZE 5:16 lè Mwen voye kont yo flèch mechan yo, kon gwo grangou a, yon flèch ki te voye pou detwi nou. Mwen va osi fè gwo grangou a vin pi rèd sou ou e va kase retire sous pen an.
EZE 5:17 Anplis, Mwen va voye sou ou gwo grangou, ak bèt sovaj yo e yo va fè ou soufri gwo pèt. Epidemi ak vèse san va rive sou ou. Mwen va mennen nepe sou ou. Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale sa a.’”
EZE 6:1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 6:2 “Fis a lòm, mete figi ou vè mòn Israël yo, e pwofetize kont yo.
EZE 6:3 Di yo: ‘Mòn Israël yo, koute pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a a mòn yo, kolin yo, ravin dlo yo, ak vale yo: “Gade byen, Mwen menm, Mwen va mennen yon nepe sou nou, e Mwen va detwi wo plas nou yo.
EZE 6:4 Konsa lotèl nou yo va vin dezole, e lotèl lansan yo va vin kraze nèt. Mwen va fè mò nou yo tonbe devan zidòl nou yo.
EZE 6:5 Anplis, Mwen va poze kadav mò fis Israël yo devan zidòl yo. E Mwen va gaye zo nou yo toutotou lotèl nou yo.
EZE 6:6 Nan tout kote nou rete, vil nou yo va vin yon savann, e wo plas yo va vin dezole, pou lotèl nou yo kapab vin abandone nèt. Yo va fè yon kote dezole, pou zidòl nou yo ka vin kraze e fini nèt, pou lotèl lansan yo ka vin kraze nèt e zèv nou yo ka vin efase nèt.
EZE 6:7 Sila yo touye yo va tonbe pami nou, e nou va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.
EZE 6:8 “‘“Malgre sa, Mwen va kite yon retay, paske nou va genyen sila ki chape anba nepe pami nasyon yo nan lè nou vin gaye pami lòt peyi yo.
EZE 6:9 Nan moman sa a, sila ki te chape yo va sonje Mwen pami nasyon yo kote yo pote kon kaptif yo. A la blese Mwen blese pa kè adiltè yo, ki te vire kite Mwen e pa zye yo, ki te fè pwostitiye dèyè zidòl yo. Yo va rayi tèt yo nan pwòp zye yo pou mechanste ke yo te komèt yo, pou tout abominasyon yo.
EZE 6:10 Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Se pa anven ke M te di Mwen ta mennen dezas sa a fè vin rive sou yo.”’
EZE 6:11 “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Bat men nou, frape pye nou atè e di: “Elas!”, akoz mechanste a tout mal abominab lakay Israël ki va tonbe pa nepe a, gwo grangou ak epidemi yo.
EZE 6:12 Sila ki lwen an va mouri pa epidemi, sila ki pre a va tonbe sou nepe e sila ki rete vin anba syèj la, va mouri nan gwo grangou a. Konsa, Mwen va pase gwo kòlè Mwen sou yo.
EZE 6:13 Nan moman sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Lè moun touye pa yo jwenn pami zidòl ki antoure lotèl yo, sou tout kolin ki wo, sou tout tèt mòn, anba tout bwa vèt— kote yo te ofri odè ki santi bon a tout zidòl yo.
EZE 6:14 Konsa, pami tout abitasyon yo, Mwen va lonje men m kont yo, fè peyi a vin pi dezole e abandone, depi dezè a ki pase vè Dibla a, jis rive nan tout abitasyon yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
EZE 7:1 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 7:2 Ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a, Lafen! Lafen ap pwoche sou kat kwen peyi a.
EZE 7:3 Se koulye a, lafen an sou ou, e Mwen va voye kòlè Mwen kont ou. Mwen va jije ou selon zèv ou. Mwen va mennen tout abominasyon ou yo sou ou.
EZE 7:4 Paske zye M p ap gen pitye pou ou, ni Mwen p ap ralanti pou ou, men Mwen va mennen chemen ou yo rive sou ou, abominasyon ou yo va pami ou, e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a!
EZE 7:5 “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Yon gwo dezas! Yon dezas san parèy! Gade byen, l ap vini.
EZE 7:6 Lafen an ap vini. Lafen an gen tan rive! Li te leve kont ou. Gade byen, li fin rive!
EZE 7:7 Move lè ou a fin rive, O moun peyi a! Lè a rive! Jou toupre a—gwo zen olye kri lajwa a ap kriye sou mòn yo.
EZE 7:8 Koulye a, nan yon ti tan, Mwen va vide kòlè Mwen sou ou, e acheve kòlè Mwen kont ou. Konsa, M ap jije ou selon tout chemen ou yo, e mennen sou ou tout abominasyon ou yo.
EZE 7:9 Zye m p ap montre okenn pitye, ni Mwen p ap ralanti. Mwen va rekonpanse ou selon chemen ou yo pandan abominasyon ou yo pami nou. Konsa, ou va konnen ke se Mwen, SENYÈ a, ki fè frap la.
EZE 7:10 “‘Gade jou a! Gade l byen, l ap vini! Move lè ou a deja parèt. Baton an fin boujonnen. Ògèy la fin fleri.
EZE 7:11 Vyolans fin grandi pou vin fè yon baton mechanste. Okenn nan yo p ap rete; okenn nan moun yo, okenn nan richès yo, ni okenn bagay ki gen gwo valè pami yo.
EZE 7:12 Lè a fin rive! Jou a prè. Pa kite moun k ap achte a rejwi, ni moun k ap vann nan soufri, paske gwo chalè a kont tout foul moun yo.
EZE 7:13 Anverite, moun k ap vann nan p ap retounen nan sa li te vann nan, malgre yo toujou vivan; paske vizyon konsène tout foul moun yo. Yo p ap retounen, ni okenn nan yo p ap ka pwolonje lavi yo nan mitan inikite yo.
EZE 7:14 Yo te soufle twonpèt la, e te fè tout bagay vin prè, men pèsòn pa prale nan batay la, paske gwo kòlè Mwen an kont tout foul moun yo.
EZE 7:15 “‘Nepe a deyò e epidemi ak gwo grangou a anndan. Sila ki nan chan an va mouri pa nepe. Gwo grangou ak epidemi va, anplis, manje sila anndan vil yo.
EZE 7:16 Menm lè sila ki chape yo rive deyò, yo va sou mòn yo tankou toutrèl nan vale yo, yo tout ap kriye, yo chak nan pwòp inikite yo.
EZE 7:17 Tout men yo va lage vid e tout jenou yo va vin kon dlo.
EZE 7:18 Yo va abiye yo menm ak twal sak e lafyèv frison va boulvèse yo. Lawont va sou tout figi yo, e tout tèt yo va chòv.
EZE 7:19 Yo va jete ajan yo nan lari, e lò yo va vin yon bagay repinyans. Lajan ak lò yo p ap kapab delivre yo nan jou gwo chalè SENYÈ a. Yo p ap ka satisfè apeti yo, ni yo p ap kapab plen vant yo, paske se li ki te fè yo chite.
EZE 7:20 Yo te transfòme bote a òneman pa Li yo pou vin ògeye yo te fè imaj abominasyon yo ak bagay detestab yo avè l. Konsa, Mwen va fè l vin yon bagay abominab pou yo menm.
EZE 7:21 Mwen va bay li nan men etranje yo kon piyaj, nan men mechan sou latè yo kon donmaj, e yo va pwofane li nèt.
EZE 7:22 Anplis, Mwen va vire figi Mwen lwen yo, e yo va pwofane plas sekrè Mwen an. Vòlè yo va antre nan li, e yo va pwofane li.
EZE 7:23 “‘Fè chèn nan, paske peyi a plen ak krim sanglan, e vil la plen ak vyolans.
EZE 7:24 Akoz sa, Mwen va mennen fè vini sila ki pi mal nan tout nasyon yo, e se yo k ap posede lakay yo. Mwen va, anplis, fè ògèy a sila ki pwisan yo sispann. Lye sen yo va vin gate nèt.
EZE 7:25 Lè gwo doulè a rive, yo va chache lapè, men p ap genyen menm.
EZE 7:26 Gwo dega va rive sou gwo dega, e gwo koze sou gwo koze. Konsa, yo va chache yon vizyon soti nan yon pwofèt, men lalwa va fin pèdi nan men prèt la, e p ap gen konsèy menm nan men ansyen yo.
EZE 7:27 Wa a va fè dèy, prens lan va abiye ak dezespwa, e men a pèp peyi a va pran tranble. Selon kondwit yo, Mwen va aji avèk yo, e selon jijman yo, Mwen va jije yo. Konsa, yo va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.’”
EZE 8:1 Li te vin rive nan sizyèm ane, sou senkyèm jou, nan sizyèm mwa a, pandan mwen te chita lakay mwen ak ansyen a Juda yo ki te chita devan m, ke men Senyè BONDYE a te tonbe sou mwen la.
EZE 8:2 Answit, mwen te gade e vwala, yon imaj kon aparans a yon nonm—soti nan ren li pou rive anba, te gen aparans dife e soti nan ren li pou monte, aparans yon bagay briyan tankou metal k ap klere.
EZE 8:3 Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a.
EZE 8:4 Gade byen, glwa Bondye Israël la te la, tankou aparans ke m te wè nan plèn nan.
EZE 8:5 Li te di mwen: “Fis a lòm, leve zye ou koulye a vè nò.” Konsa, mwen te leve zye m vè nò, e gade byen, nan nò a pòtay lotèl, se te zidòl jalouzi a ki te nan antre a.
EZE 8:6 Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè ki sa y ap fè, gwo abominasyon ke lakay Israël ap fè isit la, pou m ta kite sanktyè Mwen an? Malgre toujou, ou va wè abominasyon ki pi gwo.”
EZE 8:7 Li te mennen m nan antre lakou enteryè a, e lè m te gade, vwala, yon twou nan mi an.
EZE 8:8 Li te di mwen: “Fis a lòm, fouye yon twou fonse antre nan mi an.” Konsa, mwen te fouye yon twou fonse antre nan mi an e vwala, yon pòt pou antre.
EZE 8:9 Li te di mwen: “Antre ladann pou wè abominasyon mechan ke y ap komèt isit la.”
EZE 8:10 Konsa, mwen te antre e vwala, tout fòm bagay ki trennen atè, bèt ak bagay abominab, ak tout zidòl lakay Israël yo te grave kon desen sou mi an toutotou li.
EZE 8:11 Epi te kanpe devan yo, swasann-dis lansyen a lakay Israël yo, e Jaazania, fis a Schaphan an, te kanpe nan mitan yo, chak moun ak pwòp veso lansan li, e odè nwaj lansan an a t ap leve.
EZE 8:12 Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè sa ke ansyen lakay Israël yo ap komèt nan fènwa a, chak moun nan chanm a pwòp imaj taye li? Paske men ki sa y ap di: ‘SENYÈ a pa wè nou. SENYÈ a fin abandone peyi a.’”
EZE 8:13 Epi Li te di mwen: “Malgre sa, ou va wè abominasyon ki pi gwo ke y ap komèt.”
EZE 8:14 Konsa, Li te mennen mwen nan antre a pòtay lakay SENYÈ a ki te vè nò; epi vwala, te gen fanm la ki t ap kriye pou Thammuz.
EZE 8:15 Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Malgre sa, ou va wè pi gwo abominasyon ke sa yo.”
EZE 8:16 Konsa, Li te mennen mwen antre nan lakou enteryè lakay SENYÈ a. Epi vwala, nan antre tanp SENYÈ a, antre galri ak lotèl la, anviwon venn-senk òm, avèk do yo bay tanp SENYÈ a, e figi yo vè lès. Epi yo t ap pwostène yo nan lès vè solèy la.
EZE 8:17 Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Èske se yon bagay twò piti pou lakay Juda ta komèt abominasyon ke yo te komèt isit la? Paske yo te ranpli peyi a ak vyolans e te pwovoke M plizyè fwa? Gade byen, y ap vekse M menm ak ti branch bwa yo poze sou nen yo.
EZE 8:18 Akoz sa, anverite, Mwen va aji ak gwo kòlè. Zye m p ap gen pitye, ni Mwen p ap epanye pèsòn. Malgre yo kriye nan zòrèy Mwen ak gwo vwa, malgre sa, Mwen p ap koute yo.”
EZE 9:1 Answit, Li te kriye fò pou m tande ak yon gwo vwa e te di: “Vin pi pre, O nou menm ki an chaj vil la, chak moun ak pwòp zam destriksyon li nan men l.”
EZE 9:2 Gade byen, sis moun te sòti nan pòtay anlè ki pozisyone vè nò a, chak moun ak pwòp zam masak li nan men l. Pami yo, te gen yon sèten nonm abiye an len, ak yon valiz pou ekri nan senti l. Epi yo te antre ladann e te kanpe akote lotèl an bwonz lan.
EZE 9:3 Konsa, laglwa Bondye Israël la te leve monte soti nan cheriben kote l te poze a, pou rive nan papòt tanp lan. Epi Li te rele nonm abiye an len ak yon valiz pou ekri nan senti li an.
EZE 9:4 SENYÈ a te di li: “Ale pase nan mitan vil la, menm nan mitan Jérusalem, mete yon mak sou fwon a mesye ki plenn nan gòj e ki fè soupi pou tout abominasyon k ap komèt nan mitan li yo.”
EZE 9:5 Men pou lòt yo, Li te di nan zòrèy mwen: “Travèse vil la dèyè li pou frape. Pa kite zye ou fè pitye, ni pa ralanti.
EZE 9:6 Konplètman, touye granmoun, jenn gason, jenn fi, timoun yo ak fanm, men pa touche okenn moun ki gen mak la. Kòmanse soti nan sanktyè pa M nan.” Konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan tanp yo.
EZE 9:7 Epi Li te di yo: “Souye tanp lan e plen lakou a ak mò yo. Ale deyò!” Konsa, yo te ale deyò pou te frape moun nan vil yo.
EZE 9:8 Pandan yo t ap frape moun yo e mwen sèl te rete, mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò pou te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske W ap detwi tout retay Israël la pandan W ap vide gwo kòlè ou sou Jérusalem nan?”
EZE 9:9 Li te reponn mwen: “Inikite lakay Israël ak Juda yo vin trè trè gran. Peyi a vin plen ak san, e vil la plen ak pèvèsyon. Paske yo di: ‘SENYÈ a te abandone tout peyi a e SENYÈ a pa wè!’
EZE 9:10 Men pou Mwen, zye M p ap gen pitye ni Mwen p ap ralanti, men Mwen va fè kondwit yo vin rive sou pwòp tèt yo.”
EZE 9:11 Epi gade byen, nonm abiye an len, ki te gen valiz ekri nan senti li jan nou te di a, t ap di: “Mwen te fè l jis jan ou te kòmande mwen an.”
EZE 10:1 Answit, mwen te gade e vwala, nan gran espas ouvri ki te sou tèt a cheriben yo, yon bagay tankou yon wòch safì ki pa aparans, te sanble yon twòn ki te parèt anlè yo.
EZE 10:2 Li te pale ak nonm abiye an len an e te di: “Antre nan mitan wou k ap vire vit fè wonn anba cheriben an, plen men nou ak chabon tou limen ki antre cheriben yo e gaye yo toupatou nan vil la.” Konsa, li te antre pou m te ka wè l.
EZE 10:3 Alò, cheriben yo te kanpe bò dwat a tanp lan lè nonm nan te antre ladann nan e nwaj la te plen lakou enteryè a.
EZE 10:4 Epi glwa a SENYÈ a te leve monte soti nan cheriben yo, jis rive nan papòt tanp lan. Tanp lan te plen ak nwaj la e lakou a te plen ak ekla a glwa SENYÈ a.
EZE 10:5 Anplis, bri a zèl cheriben yo te vin tande jis rive nan lakou eksteyè a, tankou vwa SENYÈ Pwisan an lè L pale.
EZE 10:6 Li te vin rive lè Li te kòmande nonm abiye an len an e te di: “Pran dife soti nan mitan wou k ap vire vit fè wonn yo, soti antre cheriben yo”. Epi li te antre e te kanpe akote yon wou.
EZE 10:7 Konsa, cheriben an te lonje men l soti antre cheriben kote dife ki te antre cheriben yo, pran ladann pou mete nan men a sila ki te abiye an len an, ki te pran l e te sòti deyò.
EZE 10:8 Fòm men a yon moun te parèt isit nan cheriben ki anba zèl yo.
EZE 10:9 Alò, mwen te gade e vwala, kat wou akote cheriben yo, yon wou akote chak cheriben. Aparans a wou yo te tankou ekla a pyè krizolit.
EZE 10:10 Selon aparans yo, toule kat te sanble menm jan, konsi se te yon wou ki te anndan yon lòt wou.
EZE 10:11 Lè yo te deplase yo, yo te ale nan kat direksyon pa yo, san vire pandan yo t ap prale a. Yo te toujou swiv direksyon kote yo te fikse a, san vire pandan yo t ap prale a.
EZE 10:12 Tout kò yo, do yo, men yo, zèl yo e wou yo te plen zye toutotou, wou ki t ap sèvi pou toule kat yo.
EZE 10:13 Wou yo te rele nan zòrèy mwen, kon wou toubiyon.
EZE 10:14 Yo chak te gen kat figi. Premye figi a te figi a yon cheriben, dezyèm figi a te figi a yon nonm, twazyèm figi a te figi yon lyon e katriyèm figi a te figi a yon èg.
EZE 10:15 Konsa, cheriben yo te leve monte. Yo se kreyati vivan ke m te wè akote rivyè Kebar a.
EZE 10:16 Lè cheriben yo te deplase, wou yo ta ale bò kote yo; anplis, lè cheriben yo te leve zèl yo pou leve atè a, wou yo pa t vire pou kite bò kote yo.
EZE 10:17 Lè cheriben yo te kanpe an plas, wou yo ta kanpe an plas. Lè yo te leve, wou yo ta leve avèk yo, paske lespri a kreyati vivan an te nan yo.
EZE 10:18 Epi glwa SENYÈ a te kite papòt tanp lan, e te kanpe anwo cheriben yo.
EZE 10:19 Lè cheriben yo te pati, yo te leve zèl yo pou te monte leve kite tè a devan zye m avèk wou yo bò kote yo. Konsa, yo te kanpe dyanm nan antre a pòtay lès lakay SENYÈ a; e glwa a Bondye Israël la te tann sou yo.
EZE 10:20 Sa yo se kreyati vivan ke m te wè anba Bondye Israël la akote rivyè Kebar a; konsa, mwen te konnen ke se cheriben yo te ye.
EZE 10:21 Chak te gen kat figi, chak te gen kat zèl, e anba zèl yo, se te fòm men moun.
EZE 10:22 Selon sa figi yo te sanble, yo te gen menm figi yo aparans ke mwen te wè akote rivyè Kebar a. Yo chak te ale tou dwat devan.
EZE 11:1 Anplis, Lespri a te leve m monte e te mennen mwen nan pòtay lès lakay SENYÈ a ki te anfas vè lès. Epi gade byen, venn-senk mesye nan antre pòtay la e pami yo, mwen te wè Jaazania, fis a Azzur a ak Pelathia, fis a Benaja a, chèf a pèp yo.
EZE 11:2 Li te di mwen: “Fis a lòm, sila yo se mesye yo ki fè plan inikite e ki bay move konsèy nan vil sa a,
EZE 11:3 k ap di: ‘Tan pou bati kay yo pa pwòch. Vil sa a se chodyè a e nou se chè a.’
EZE 11:4 Akoz sa, pwofetize kont yo, fis a lòm. Se pou ou pwofetize!”
EZE 11:5 Lespri SENYÈ a te tonbe sou mwen e Li te di mwen: “Pale konsa, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou reflechi, o lakay Israël, paske Mwen konnen panse nou yo.
EZE 11:6 Nou te miltipliye moun ki touye yo nan vil sa a, e plen ri yo nèt avèk yo.”
EZE 11:7 “‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Moun touye nou yo ke nou te fè kouche nan mitan vil la, se chè a, e vil la se chodyè a; men nou va mennen sòti ladann.
EZE 11:8 Nou te pè yon nepe. Pou sa, mwen va mennen yon nepe rive sou nou,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 11:9 “Epi Mwen va mennen nou sòti nan mitan vil la. Mwen va delivre nou nan men a etranje yo, e egzekite jijman kont nou.
EZE 11:10 Nou va tonbe pa nepe. Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
EZE 11:11 Vil la p ap yon chodyè pou nou, ni nou p ap chè nan mitan l. Men Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la.
EZE 11:12 Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo. Ni nou pa t swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.”’”
EZE 11:13 Alò, li te vin rive ke pandan mwen t ap pwofetize a, ke Pelathia, fis a Benaja a, te mouri. Epi mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò ak yon gwo vwa e mwen te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske Ou va mennen retay Israël la pou fin detwi nèt?”
EZE 11:14 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
EZE 11:15 “Fis a lòm, frè ou yo, fanmi ou yo, egzile parèy ou yo ak tout lakay Israël la, yo tout, se moun a sila abitan Jérusalem yo te di: ‘Ale lwen SENYÈ a; peyi sa a te bay a nou kon posesyon.’”
EZE 11:16 “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Byenke mwen te deplase yo byen lwen pami nasyon yo e byenke mwen te gaye yo pami peyi yo, malgre mwen va yon abri pou yo pou yon ti tan nan peyi kote yo rive yo.”’
EZE 11:17 “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va ranmase nou soti nan pèp yo, Mwen va rasanble nou sòti nan peyi pami sila nou te gaye yo, e Mwen va bannou peyi Israël la.”
EZE 11:18 “‘Lè yo vini la, yo va retire tout bagay abominab li yo ak tout abominasyon li yo sòti ladann.
EZE 11:19 Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè,
EZE 11:20 pou yo ka mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.
EZE 11:21 Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”
EZE 11:22 Epi cheriben yo te leve zèl yo ak wou akote yo e glwa a Bondye Israël la te vin pann sou yo.
EZE 11:23 Glwa SENYÈ a te monte soti nan mitan vil la e te kanpe anwo mòn ki nan pati lès vil la.
EZE 11:24 Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo. Se konsa vizyon mwen te wè a, te kite mwen.
EZE 11:25 Epi mwen te di egzile yo tout bagay ke SENYÈ a te montre mwen.
EZE 12:1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 12:2 Fis a lòm, ou rete nan mitan yon kay rebèl, ki gen zye pou wè, men yo pa wè, e zòrèy pou tande, men yo pa tande; paske se kay rebèl yo ye.
EZE 12:3 “Pou sa, fis a lòm, prepare valiz ou menm pou ou ekzile e antre an egzil nan mitan jounen an kote yo ka wè l byen klè. Nan egzil, ou va deplase yon kote pou rive yon lòt kote devan zye yo. Petèt yo va konprann, malgre se yon kay rebèl yo ye.
EZE 12:4 Mete bagaj ou deyò devan zye yo, kon bagaj pou egzil. Konsa, ou va sòti deyò nan aswè devan zye yo, tankou sila ki prale an egzil yo.
EZE 12:5 Fouye yon twou nan miray la devan zye yo, e sòti ladann pou vin deyò.
EZE 12:6 Mete bagaj ou sou zepòl ou devan yo pou yo wè e pote li sòti deyò nan aswè. Ou va kouvri figi ou pou ou pa ka wè peyi a, paske Mwen plase ou kon yon sign pou lakay Israël.”
EZE 12:7 Mwen te fè sa konsa jan mwen te kòmande a. Nan lajounen, mwen te mennen bagaj mwen deyò, tankou bagaj a yon egzile. Epi nan aswè, mwen te fouye yon twou nan miray la ak men m. Mwen te sòti deyò nan fènwa a e te pote li sou zepòl mwen pou yo ta ka wè l.
EZE 12:8 Nan maten, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
EZE 12:9 “Fis a lòm, èske lakay Israël, kay rebèl sa a, pa t di ou: ‘Kisa w ap fè la a?’
EZE 12:10 “Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Fado sa a se pou prens Jérusalem nan, li menm ak tout lakay Israël ki ladann nan.”’
EZE 12:11 “Di yo: ‘Mwen se yon sign pou nou. Jan mwen te fè, se konsa l ap vin rive nou. Konsa, yo va ale an egzil, an kaptivite.
EZE 12:12 “‘Prens ki pami yo a va chaje bagaj li sou zepòl li nan aswè pou sòti. Yo va fouye yon twou nan miray la pou fè l sòti. Li va kouvri figi li pou li pa wè peyi a ak pwòp zye li.
EZE 12:13 Anplis, Mwen va voye filè Mwen sou li e li va vin kenbe nan pèlen Mwen. Konsa, Mwen va mennen li Babylone, nan peyi a Kaldeyen yo. Men li p ap wè l; malgre sa, se la l ap mouri.
EZE 12:14 Mwen va gaye nan tout van, tout sila ki antoure li yo, moun k ap ede li yo ak tout sòlda li yo. Epi se nepe a Mwen va rale dèyè yo.
EZE 12:15 “‘Pou yo ka konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen gaye yo pami nasyon yo e pwopaje yo pami peyi yo.
EZE 12:16 Men Mwen va epanye kèk nan yo de nepe a, gwo grangou a, ak epidemi a, pou yo ka pale tout abominasyon yo pami nasyon kote yo prale yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
EZE 12:17 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
EZE 12:18 “Fis a lòm, manje pen ou ak tranbleman, e bwè dlo ou ak tranbleman e ak kè twouble.
EZE 12:19 Di a pèp peyi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan moun ki rete Jérusalem yo nan peyi Israël la: “Yo va manje pen yo ak kè twouble e bwè dlo ak gwo laperèz, akoz peyi yo va depouye nèt de tout bonte li, akoz vyolans a tout moun ki demere ladann yo.
EZE 12:20 Vil kote moun rete yo va vin devaste nèt e peyi a va vin yon dezolasyon. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
EZE 12:21 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
EZE 12:22 “Fis a lòm, ki pwovèb sa a, ke nou menm pèp la, gen konsènan peyi Israël, ki di: ‘Jou yo long e tout vizyon yo vin gate’?
EZE 12:23 Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè pwovèb sa a sispann pou yo pa sèvi l ankò kon pwovèb an Israël.”’ Men di yo: “Jou yo ap apwoche ansanm ak lè pou tout vizyon yo akonpli.
EZE 12:24 Paske p ap gen ankò okenn fo vizyon ni okenn divinasyon flatè anndan kay Israël la.
EZE 12:25 Paske Mwen menm, SENYÈ a va pale e nenpòt pawòl ke M di, va vin acheve. Sa p ap pran reta ankò, paske nan jou ou yo, O lakay rebèl, Mwen va pale pawòl la e Mwen va akonpli li,” deklare Senyè BONDYE a.’”
EZE 12:26 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
EZE 12:27 “Fis a lòm, gade byen, lakay Israël ap di: ‘Vizyon ke li fè a se pou anpil ane k ap vini e li pwofetize pou yon tan ki lwen.’
EZE 12:28 “Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn nan pawòl Mwen yo p ap pran reta ankò. Nenpòt sa ke M pale, va vin akonpli,” deklare Senyè BONDYE a.’”
EZE 13:1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 13:2 “Fis a lòm, pwofetize kont pwofèt Israël ki pwofetize. Di a sila kap pwofetize pawòl ki soti nan pwòp enspirasyon pa yo, ‘Koute pawòl SENYÈ a:
EZE 13:3 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè a pwofèt san konprann k ap swiv pwòp lespri pa yo, e ki pa t vrèman wè anyen.
EZE 13:4 O Israël, pwofèt nou yo te tankou rena pami pil mazi ki fin kraze.
EZE 13:5 Nou pa t antre nan brèch yo, ni nou pa t bati yon miray pou antoure lakay Israël pou l ta ka kanpe nan batay nan jou SENYÈ a.
EZE 13:6 Yo wè tout sa ki fo, ak divinò k ap bay manti yo, k ap di: ‘Pawòl SENYÈ a deklare’, lè se pa SENYÈ a ki te voye yo. Malgre sa, yo gen espwa ke pawòl yo va vin akonpli.
EZE 13:7 Èske nou pa t fè yon fo vizyon, e pale ak lang ki t ap bay manti lè nou te di: ‘SENYÈ a deklare’, men se pa Mwen ki te pale a?”’”
EZE 13:8 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te pale sa ki fo, e te wè yon manti; akoz sa, gade byen, Mwen kont nou,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 13:9 “Konsa, men Mwen va kont pwofèt yo ki fè fo vizyon yo; ki pale divinasyon ki manti yo. Yo p ap gen plas nan konsèy a pèp Mwen an ni yo p ap ekri nan rejis lakay Israël yo. Ni yo p ap antre nan peyi Israël la. Konsa, nou ka konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”
EZE 13:10 “‘Akoz, anverite yo te egare pèp Mwen an lè yo te di: “Lapè,” lè pa t gen lapè. Lè nenpòt moun bati yon miray, gade byen, yo fè l randwi ak lacho.
EZE 13:11 Donk, pale a sila ki randwi li ak lacho yo, ke li va tonbe. Yon inondasyon lapli va vini, e nou menm, o gran lagrèl, va tonbe. Yon van vyolan va pete l.
EZE 13:12 Gade byen, lè miray la fin tonbe, èske yo p ap mande nou: “Kote lacho ke nou te sèvi nan randwi li a?”
EZE 13:13 “‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè yon van vyolan vin pete nan kòlè Mwen. Anplis, va genyen nan mekontantman Mwen, yon inondasyon lapli ak lagrèl pou konsonmen li nèt ak gwo laraj.
EZE 13:14 Konsa, Mwen va demoli miray ke nou te kouvri ak randisaj la jis rive atè, jis fondasyon li yo fin ekspoze nèt. Epi lè l tonbe, nou va vin manje nan mitan li. Epi nou va vin konprann ke se Mwen ki SENYÈ a.
EZE 13:15 Se konsa, Mwen va pase kòlè Mwen sou miray la ak sou sila ki te fè randisaj ak lacho sou li yo. Mwen va di nou, ‘Miray la pa la ankò, ni bòs randisaj yo pa la ankò.
EZE 13:16 Konsa ak pwofèt Israël sa yo ki pwofetize a Jérusalem yo, ki te fè vizyon lapè pou li yo, lè pat gen lapè a,’” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 13:17 Alò, ou menm, fis a lòm, mete figi ou kont fi a pèp ou yo, k ap pwofetize apati pwòp enspirasyon yo. Se pou ou pwofetize kont yo,
EZE 13:18 pou di: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Malè a fanm ki koud braslè kon wanga sou tout ponyèt yo e fè vwal yo pou tèt moun tout wotè, pou fè lachas moun! Èske nou va chase nanm a pèp Mwen an, men konsève nanm a lòt yo pou nou menm?
EZE 13:19 Pou yon men ki plen ak lòj ak kèk grenn pen, nou te degrade Mwen a pèp Mwen an, pou fè lantre nan lanmò kèk nanm ki pa ta dwe mouri, e kenbe vivan lòt ki pa ta dwe viv, nan fè manti ou a pèp Mwen an ki koute manti.’”
EZE 13:20 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont braslè wanga nou yo, avèk sila nou chache lavi moun, tankou se zwazo yo. Mwen va rache yo nan bra nou. Epi Mwen va lage nanm sa yo lib, menm nanm de sila ke nou kapte, tankou se zwazo yo.
EZE 13:21 Anplis, Mwen va chire vwal nou yo, Mwen va delivre pèp Mwen an soti nan men nou, e yo p ap nan men nou ankò pou fè viktim lachas. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
EZE 13:22 Akoz nou te dekouraje moun ladwati a lè Mwen pa t fè yo trist; epi nou te ankouraje mechan an pou l pa kite mechanste li, pou l sove,
EZE 13:23 pou sa, nou p ap fè fo vizyon ankò, ni pratike divinasyon. Mwen va delivre pèp Mwen an sòti nan men nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
EZE 14:1 Epi kèk nan ansyen Israël yo te parèt kote mwen e te chita devan m.
EZE 14:2 Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
EZE 14:3 “Fis a lòm, mesye sila yo te fin etabli zidòl pa yo nan kè yo. Yo te mete yo toudwat devan figi yo kon wòch k ap fè moun chite, a pou fè yo tonbe nan inikite yo. Èske Mwen ta menm dwe koute kesyon yo?
EZE 14:4 Pou sa, pale ak yo e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nenpòt moun lakay Israël ki pozisyone zidòl nan kè li, ki mete dwat devan figi l, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò, ta vin jwenn pwofèt la, Mwen menm, SENYÈ a, va vin bay li repons sou sijè a, an akòd ak fòs kantite zidòl li genyen yo,
EZE 14:5 pou M ka kenbe kè lakay Israël la, tout ki byen lwen M akoz zidòl yo.”’”
EZE 14:6 “Pou sa, di a tout lakay Israël la, ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Repanti, vire kite zidòl nou yo, e vire figi nou lwen de tout abominasyon nou yo.”’”
EZE 14:7 “Paske nenpòt moun lakay Israël, o menm etranje ki vin viv la, ki separe li de Mwen menm, pou l mete zidòl li yo nan kè l, ki vin mete dwat devan figi li, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò apre ta rive kote pwofèt la pou mande koze pou pwòp tèt li, Mwen menm, SENYÈ a, Mwen va vin parèt pou bay li repons nan pwòp pèsonaj pa M.
EZE 14:8 Mwen va pozisyone figi M kont mesye sa a, fè li yon sign ak yon pwovèb, e Mwen va koupe retire li nèt de pèp Mwen an. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
EZE 14:9 “Men si pwofèt sila vin twonpe, epi pale yon pawòl, se Mwen menm, SENYÈ a, ki te fè pwofèt sa a vin twonpe. Konsa, Mwen va lonje men M kont li pou detwi li soti pami pèp Mwen an, Israël.
EZE 14:10 Yo va pote frè inikite yo. Jan inikite a sila k ap mande l pale a, se konsa inikite a pwofèt la va ye,
EZE 14:11 pou lakay Israël pa egare lwen Mwen ankò, e pou yo pa souye tèt yo ankò ak tout transgresyon yo. Konsa, yo va vin pèp mwen, e Mwen va Bondye yo,” deklare Senyè BONDYE a.”
EZE 14:12 Ankò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen, e te di:
EZE 14:13 “Fis a lòm, si yon peyi peche kont Mwen nan komèt enfidelite, Mwen va lonje men M kont li, detwi sous pen li, voye gwo grangou kont li, e koupe retire nèt de li, ni lòm, ni bèt.
EZE 14:14 Menmsi twa mesye sila yo, Noé, Daniel, ak Job te nan mitan yo, ladwati yo pa ta delivre plis ke pwòp nanm pa yo”, deklare Senyè BONDYE a.
EZE 14:15 “Si Mwen te fè bèt sovaj pase nan peyi a, e li vin dezole jis pou pèsòn pa ta pase ladann akoz bèt yo,
EZE 14:16 menmsi twa mesye sila yo te la nan mitan l, kon Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Se yo sèl ki t ap delivre, men peyi a t ap vin dezole nèt.
EZE 14:17 “Ni, si Mwen ta mennen yon nepe sou peyi sa a e di: ‘Kite nepe a pase nan tout peyi a pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann,’—
EZE 14:18 menmsi, twa mesye sila yo te nan mitan l, kon Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo, men se sèl yo menm ki ta delivre.
EZE 14:19 “Oswa, si M ta voye yon gwo grangou kont peyi sa, e vide kòlè Mwen an san sou li, pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann—
EZE 14:20 menmsi Noé, Daniel ak Job te nan mitan l, kon Mwen viv la, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Yo ta delivre sèlman pwòp tèt yo, pa ladwati pa yo.”
EZE 14:21 Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Konbyen ankò lè Mwen voye kat gwo jijman Mwen yo kont Jérusalem: nepe, gwo grangou, bèt sovaj ak epidemi pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li!
EZE 14:22 Malgre sa, gade byen, gen yon retay ki va pote soti ladann, ni fis, ni fi. Gade byen, yo va vin parèt vè ou menm e ou va wè kondwit ak zèv yo. Konsa ou va vin rekonfòte pou gwo malè ke M te mennen sou Jérusalem nan, pou tout bagay ke M te mennen sou li yo.
EZE 14:23 Nan lè sa a, yo va rekonfòte ou lè ou wè kondwit ak aksyon yo, paske ou va konnen ke M pa t fè anyen san koz,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 15:1 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 15:2 Fis a lòm, kisa bwa chan rezen fè pou l pi bon pase nenpòt bwa branch lyann yo ki pami pyebwa forè yo?
EZE 15:3 Èske ou ka retire bwa sou li pou fè yon bagay, oswa èske moun ka fè yon kwòk ak li pou pann veso?
EZE 15:4 Si yo te mete li nan dife la pou brile, dife a fin manje de pwent li e mitan an fin boukannen tounwa. Konsa, èske li ka itil pou yon bagay?
EZE 15:5 Gade byen, pandan li an bòn fòm nan, li pa itil anyen. Konbyen anmwens lè dife fin manje li e vin boukannen l tounwa a, pou l ka itil pou fè yon bagay!
EZE 15:6 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan lyann yo pami tout pyebwa forè yo, ke m te bay nan dife pou brile a, se konsa mwen te bay moun ki rete Jérusalem yo.
EZE 15:7 Mwen mete figi M kont yo. Byenke yo te sòti nan dife a, malgre sa, dife a va manje yo. Ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen mete figi M kont yo.
EZE 15:8 Konsa, Mwen va fè tè a vin dezole, akoz yo te aji ak enfidelite,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 16:1 Ankò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 16:2 “Fis a lòm, fè Jérusalem konnen abominasyon li yo.
EZE 16:3 Di li: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a a Jérusalem: “Orijin ou ak nesans ou se te nan peyi Canaan, papa ou se te yon Amoreyen e manman ou yon Etyèn.
EZE 16:4 Pou nesans ou, nan jou ou te fèt la, kòd lonbrit ou pa t koupe, ni ou pa t lave ak dlo pou vin pwòp. Ou pa t fwote ak sèl, ni menm vlope nan rad.
EZE 16:5 Pa t gen zye ki te gen pitye pou ou, ni ki te gen konpasyon pou ou. Pito ou te jete nan yon chan ouvri, paske yo te twouve ou abominab depi jou ke ou te fèt la.
EZE 16:6 “‘“Lè m te pase bò kote ou, e Mwen te wè ou t ap tòde nan san ou, Mwen te di ou pandan ou te nan san ou an: ‘Viv’! Wi, Mwen te di ou pandan ou te nan san ou an: ‘Viv’!
EZE 16:7 Mwen te fè ou vin anpil, tankou plant nan chan yo. Ou te vin grandi, ou te vin wo, e ou te vin rive nan laj pou bèl flè. Tete ou te fòme e cheve ou te grandi. Malgre sa, ou te toutouni e san rad.
EZE 16:8 “‘“Mwen te pase bò kote ou pou te wè ou e gade byen, ou te vin nan lè pou fè renmen. Alò konsa, mwen te lonje jip Mwen sou ou pou te kouvri toutouni ou an. Anplis, Mwen te sèmante a ou menm, e te antre nan yon akò avèk ou pou ou te vin pou Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 16:9 “‘“Mwen te benyen ou ak dlo, lave fè san sòti sou ou e Mwen te onksyone ou avèk lwil.
EZE 16:10 Anplis, Mwen te abiye ou ak twal ak bèl bwodri, Mwen te mete sandal fèt ak po bazann nan pye ou. Mwen te vlope ou ak len fen e te kouvri ou ak swa.
EZE 16:11 Mwen te fè ou bèl ak dekorasyon. Mwen te mete braslè nan men ou ak yon kolye nan kou ou.
EZE 16:12 Anplis, mwen te mete yon zanno nan nen ou, zanno nan zòrèy ou ak yon bèl kouwòn nan tèt ou.
EZE 16:13 Konsa, ou te anbeli ak lò ak ajan e wòb ou te fèt ak len fen, oswa ak twal bwodri. Ou te manje farin fen, siwo myèl, ak lwil. Konsa, ou te tèlman vin bèl, e vin avanse nan yon pozisyon wayal.
EZE 16:14 Answit, rekonesans ou te ale toupatou pami nasyon yo akoz bèlte ou. Paske li te pafè, akoz mayifisans ke Mwen te fè poze sou ou a,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 16:15 “‘“Men ou te mete konfyans nan bèlte ou; ou te jwe pwostitiye akoz tout rekonesans ou. Ou te vide pwostitisyon ou an nan tout moun ale vini ki te disponib.
EZE 16:16 Ou te pran kèk nan rad ou yo, pou fè pou kont ou wo plas ak plizyè koulè, e te jwe pwostitiye ak yo. Sa a pa ta janm dwe rive, ni li pa p fèt.
EZE 16:17 Anplis, ou te pran bèl bijou ou yo, fèt ak lò ak ajan pa M, ke M te bay ou. Ak yo ou te fè pou kont ou imaj a gason pou ou te ka jwe pwostitiye ak yo.
EZE 16:18 Epi ou te pran twal bwodri ou a pou te kouvri yo, e te ofri lwil ak lansan Mwen an devan yo.
EZE 16:19 Anplis, pen Mwen an, ke M te bay ou a, farin fen, lwil ak siwo myèl, avèk sila Mwen te konn bay ou manje yo, ou te ofri yo devan yo kon yon odè santi bon. Se konsa sa te rive,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 16:20 “‘Anplis, ou te pran fis ak fi ke ou te fè pou Mwen yo, e ou te sèvi yo kon sakrifis a zidòl pou yo ta ka vin devore. Èske afè pwostitisyon ou an te yon ti bagay piti?
EZE 16:21 Ou te fè labatwa ak pitit Mwen yo, e te ofri yo bay zidòl, lè ou koze yo pase nan dife.
EZE 16:22 Anplis ke tout abominasyon ak pwostitisyon ou yo, ou pa t sonje jou jenès ou yo, lè ou te toutouni, san rad e t ap tòde nan pwòp san ou an.
EZE 16:23 “‘Konsa, li te vin rive apre tout mechanste ou yo—Malè, malè a ou menm!’, deklare Senyè BONDYE —
EZE 16:24 “Ke ou te bati pou kont ou yon lotèl, e te fè yon wo plas tout kote.
EZE 16:25 Ou te bati pou kont ou yon wo plas nan pwent anwo nan tout lari, ou te fè belte ou vin abominab e ou te ouvri janm ou pou tout ale vini pou ogmante pwostitisyon ou an.
EZE 16:26 Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Ejipsyen yo, vwazen ou yo ak gwo anvi lachè e ou te ogmante pwostitisyon ou an pou fè m vin fache.
EZE 16:27 Gade byen, Mwen te lonje men M kont ou pou te diminye nan sa ki te pou ou yo. Epi Mwen te livre ou a volonte a sila ki rayi ou yo, fi a Filisten yo, ki wont devan kondwit lèd ou a.
EZE 16:28 Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Asiryen yo akoz ou pa t satisfè. Wi, ou te jwe pwostitiye ak yo e ou te toujou pa satisfè a.
EZE 16:29 Anplis, ou te ogmante pwostitisyon ou an ak peyi komèsan yo, Chaldée. Menm malgre sa, ou pa t satisfè.
EZE 16:30 “‘“A la kè ou fèb!” deklare Senyè BONDYE a, “pandan w ap fè tout bagay sa yo, aksyon a yon pwostitiye ki san wont.
EZE 16:31 Lè ou te bati lotèl ou yo nan pwent a tout lari a, e te fè wo plas ou yo tout kote yo, san menm mande kòb, ou pa t sanble a yon pwostitiye.
EZE 16:32 “‘“Ou menm, fanm adiltè, ki pran etranje olye de mari li!
EZE 16:33 Mesye yo konn bay kado a tout pwostitiye, men ou te bay kado ou a tout moun ki renmen ou yo pou rale yo vin kote ou sòti nan tout direksyon pou zak pwostitisyon ou yo.
EZE 16:34 Konsa, ou apa de fanm sa yo nan fè pwostitisyon ou an. Nan sa, nanpwen moun ki jwe pwostitiye tankou ou. Ou menm konn vèse lajan olye resevwa lajan. Konsa, ou apa.”’
EZE 16:35 “Pou sa, O pwostitiye, tande pawòl SENYÈ a.
EZE 16:36 ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz bagay lèd ou yo te vin vide nèt, toutouni ou a te fin dekouvri nèt atravè pwostitisyon ou ak moun ki renmen ou yo, e ak tout zidòl abominab ou yo, e akoz san a fis ou ke ou te bay a zidòl yo,
EZE 16:37 akoz sa, gade byen, Mwen va rasanble tout moun ki renmen ou yo avèk sila ou te pran plezi yo, menm tout sila ke ou te renmen yo, ak tout sila ou te rayi yo. Konsa, Mwen va rasanble yo kont ou soti nan tout direksyon e Mwen va fè toutouni ou an vin parèt a yo menm pou yo ka wè toutouni ou an nèt.
EZE 16:38 Konsa, Mwen va jije ou kon fanm k ap komèt adiltè, oswa k ap vèse san moun ta jije. Epi Mwen va mennen sou ou san gwo kòlè a ak jalouzi.
EZE 16:39 Anplis, Mwen va bay ou nan men a moun ki renmen ou yo, e yo va demoli tout lotèl ou yo, demoli wo plas ou yo, retire tout rad sou ou, retire tout bijou ou yo e kite ou toutouni, san rad.
EZE 16:40 Yo va pouse yon gwo foul kont ou, yo va lapide ou e rache ou an mòso ak nepe yo.
EZE 16:41 Yo va brile lakay ou ak dife e egzekite jijman sou ou devan zye anpil fanm. Nan lè sa a, mwen va fè ou sispann jwe pwostitiye e ou p ap peye moun ou renmen yo ankò.
EZE 16:42 Konsa, Mwen va kalme gwo chalè kòlè Mwen an kont ou. Jalouzi Mwen va kite ou, Mwen va vin satisfè e Mwen p ap fache ankò.
EZE 16:43 “‘“Akoz ou pa t sonje jou jenès ou yo, men te fè m vin anraje akoz tout bagay sa yo; gade byen, Mwen, nan kou pa M nan, Mwen va desann tout kondwit ou a, sou pwòp tèt ou,” deklare Senyè BONDYE a, “pou ou pa komèt bagay lèd sa a pou mete sou tout lòt abominasyon ou yo.”
EZE 16:44 “‘“Gade byen, tout moun ki site pwovèb va site pwovèb sila a konsènan ou menm. Yo va di: ‘Jan manman an ye a, se konsa fi a ye.’
EZE 16:45 Ou se fi a manman ou, li te rayi mari li ak pitit li. Ou se, anplis, sè a sè ou yo, ki te rayi mari yo ak pitit yo. Manman ou te yon Etyèn e papa ou te yon Amoreyen.
EZE 16:46 Alò, pi gran sè ou a se Samarie, ki viv sou kote nò ou, ak tout fi li yo; epi pi jèn sè ou a, ki rete nan kote sid ou a, se Sodome, ak tout fi li yo.
EZE 16:47 Malgre sa, ou pa t sèlman mache nan chemen yo, oswa aji selon abominasyon yo; men konsi sa te twò piti, avan lontan, ou te aji pi konwonpi nan kondwit ou ke yo menm.
EZE 16:48 Kon Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Sodome, sè ou a, ak fi li yo pa t fè menm jan ak ou ak fi ou yo.
EZE 16:49 “‘“Gade byen, sa se te koupabilite a sè ou a, Sodome: li menm ak fi li yo te gen awogans, anpil manje ak lavi alèz, men li pa t ede endijan ak malere yo.
EZE 16:50 Konsa, yo te plen ògèy e te komèt abominasyon devan M. Pou sa, Mwen te retire yo lè M te wè sa.
EZE 16:51 Anplis, Samarie pa t komèt mwatye nan peche ou yo, paske ou te ogmante abominasyon ou yo plis pase yo. Konsa, ou te fè sè ou a parèt dwat akoz tout abominasyon ke ou te komèt yo.
EZE 16:52 Anplis, sipòte wont ou paske ou te fè jijman an vin favorab pou sè ou yo. Akoz peche nan sila ou te aji pi mal ke yo menm yo, yo vin pi dwat pase ou. Wi, anplis vin twouble nèt e sipòte wont ou an, akoz ou te fè sè ou yo parèt dwat.
EZE 16:53 “‘“Malgre sa, Mwen va restore kaptivite yo, kaptivite Sodome ak fi li yo, kaptivite Samarie ak fi li yo, e ansanm avèk yo, kaptivite pa w,
EZE 16:54 pou ou ka pote imilyasyon ou e sanse ou vin wont pou tout sa ou te fè lè ou te devni yon konsolasyon pou yo.
EZE 16:55 Sè ou yo, Sodome ak fi li yo, e Samarie ak fi li yo, va retounen nan eta yo te ye a, e ou menm avèk fi ou yo va, anplis, retounen nan eta nou te ye a.
EZE 16:56 Paske non a sè ou a, Sodome, pa t tande nan lèv ou nan jou ògèy ou a,
EZE 16:57 avan mechanste ou te dekouvri a. Paske koulye a, ou devni repwòch a fi Syrie yo, e a tout sila ki antoure li yo, a fi a Filisten yo, sila ki antoure ou ki meprize ou yo.
EZE 16:58 Ou te pote pinisyon zak lèd ou te fè, ak tout abominasyon yo,” deklare SENYÈ a.
EZE 16:59 “‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va, anplis, fè avèk ou jan ou te fè a, ou menm ki te meprize sèman an, e ki te kraze akò a.
EZE 16:60 Malgre sa, Mwen va sonje akò Mwen an avèk ou nan jou jenès ou yo, e Mwen va etabli yon akò k ap dire pou tout tan avèk ou.
EZE 16:61 Epi ou va sonje chemen ou yo, e ou va vin wont lè ou resevwa sè ou yo, ni pi gran, ni pi piti. Mwen va bay ou yo kon fi pa w, men pa selon akò ou a.
EZE 16:62 Konsa, Mwen va etabli akò Mwen an avèk ou e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a,
EZE 16:63 pou ou ka sonje, vin wont, e pa janm ouvri bouch ou ankò akoz imilyasyon ou, pou lè M te padone ou pou tout sa ou te fè yo,” Senyè, BONDYE a deklare.’”
EZE 17:1 Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 17:2 “Fis a lòm, pwopoze yon devinèt e pale yon parabòl a lakay Israël.
EZE 17:3 Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon gwo èg ak gwo zèl, gwo zèl louvri ak anpil bèl plim de anpil koulè te vini Liban, e te rache pran tèt pye sèd la.
EZE 17:4 Li te rache tout ti branch nan pi wo tèt li, e te pote li nan peyi komèsan yo. Li te plase li nan yon vil machann yo.
EZE 17:5 “‘“Anplis, li te pran semans peyi a pou te plante li nan yon tè fètil. Li te mete li akote gwo dlo. Li te plase li tankou yon pye sikren.
EZE 17:6 Konsa, li te boujonnen e te vin yon lyann ba ki t ap kouvri toupatou ak branch li yo ki te tounen vè li menm, men rasin li yo te rete anba l. Konsa, li te vin yon plant, li te bay boujon e li te pwodwi anpil ti branch.
EZE 17:7 “‘“Men te gen yon lòt gwo èg ak gwo zèl ak anpil plim. Epi gade byen, lyann sa a te koube rasin li yo vè li menm e te voye branch yo deyò vè li menm soti nan tè kote li te plante a, pou l te ka wouze li.
EZE 17:8 Li te plante nan bon tè, akote anpil dlo, pou l te ka fè anpil branch ak bay fwi, e vin yon pye rezen byen bèl.”
EZE 17:9 “Pale, ‘Konsa di Senyè BONDYE a: “Èske li va grandi byen? Èske li p ap rache rasin li yo, e koupe fwi li, pou li fennen nèt—pou tout fèy k ap pete yo ta fennen? Epi kit se pa gwo fòs, kit se pa anpil moun, li p ap ka leve sòti nan rasin li ankò.
EZE 17:10 Gade byen, akoz li te plante, èske l ap grandi byen? Èske li p ap fennen nèt toutotan ke van lès ap frape li yo? Li va fennen sou tè a kote li te plante a?”’”
EZE 17:11 Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
EZE 17:12 “Di koulye a a kay rebèl la, ‘Èske ou pa konnen sa bagay sa yo vle di?’ Di yo: ‘Gade byen, wa Babylone nan te rive Jérusalem, te pran wa ak prens li yo e te mennen yo kote li Babylone.
EZE 17:13 Li te pran youn nan fanmi wa a pou te fè yon akò avè l e te fè l sèmante. Anplis, li te retire pwisan yo nan peyi a,
EZE 17:14 pou wayòm nan ta vin ba, pou l pa egzalte tèt li, men nan swiv akò L pou li ka kanpe ankò.
EZE 17:15 Men li te fè rebèl kont li lè l te voye reprezantan li yo kote Égypte pou yo ta ka ba li cheval ak anpil sòlda. Èske li va reyisi? Èske sila ki fè kalite bagay sa yo va chape? Èske li, anverite, kapab kraze akò a e chape?
EZE 17:16 “‘Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a, ‘Anverite, nan peyi wa ki te fè l wa, sèman a sila li te meprize a, e akò a sila li te kraze a; alò, avèk li menm,nan mitan Babylone, li va mouri.
EZE 17:17 Farawon ak lame pwisan li an, ak gran fòs pèp li a, p ap ede li nan lagè a, lè yo fè monte ran syèj e bati miray syèj pou koupe lavi anpil moun.
EZE 17:18 ‘Konsa, li te meprize sèman an lè l te kraze akò a e gade byen, li te fè sèman li an, men gade tout bagay li te fè. Li p ap chape.’”
EZE 17:19 “Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Jan Mwen viv la, anverite, sèman Mwen an ke li te meprize a, ak akò Mwen an ke li te kraze a, Mwen va koze malè sou tèt li.
EZE 17:20 Filè Mwen an va kouvri li nèt e li va kenbe nan pèlen an. Epi Mwen va mennen li Babylone e antre nan jijman avèk li selon zak enfidèl ke li te komèt kont Mwen an.
EZE 17:21 Tout mesye byen chwazi pami sòlda li yo va tonbe pa nepe, e sila ki chape yo va gaye nan tout van. Konsa nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a te pale.’
EZE 17:22 “Senyè BONDYE a di: ‘Anplis, Mwen va pran yon ti branch piti soti anlè pye sèd la e Mwen va plante li. Mwen va rache nan pi wo pwent a jenn ti boujon li yo, youn ki piti e ki mou e Mwen va plante li sou yon mòn ki byen wo.
EZE 17:23 Sou mòn byen wo Israël la, Mwen va plante li, pou li kapab pwodwi gwo branch, bay fwi e devni yon gwo pye sèd byen bèl. Epi zwazo de tout kalite yo va fè nich yo anba li. Yo va pran repo nan lonbraj branch li yo.
EZE 17:24 Tout pyebwa nan chan yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Mwen desann pyebwa ki byen wo a, egzalte pyebwa ki ba a, seche pyebwa ki vèt la e fè pyebwa ki sèch la fleri. “‘Mwen, SENYÈ a, te pale e Mwen te akonpli sa.’”
EZE 18:1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 18:2 “Kisa sa vle di lè ou sèvi pwovèb sa a konsènan peyi Israël e di: ‘Papa yo manje rezen si yo, epi dan timoun yo va kanpe apik’?
EZE 18:3 “Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “nou p ap itilize pwovèb sa a an Israël ankò.
EZE 18:4 Gade byen, tout nanm yo se pa M yo ye. Nanm a papa a ansanm ak nanm a fis la se pa M. Nanm ki peche a, se li k ap mouri.
EZE 18:5 “Men si yon nonm dwat e li aji ak jistis ak ladwati,
EZE 18:6 pou l pa manje nan lotèl mòn yo, ni leve zye li vè zidòl lakay Israël yo, ni souye ak madanm vwazen li, ni pwoche yon fanm pandan lè règ li—
EZE 18:7 Si yon nonm pa oprime okenn moun, men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt, epi pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou e kouvri moun toutouni ak rad,
EZE 18:8 si li pa prete moun lajan ak enterè, ni pran plis, si li gade men l pou l pa fè inikite, e egzekite yon vre jistis antre moun ak moun,
EZE 18:9 si li mache nan règleman Mwen yo, ak lòd Mwen yo pou l aji ak fidelite; li se yon moun dwat, e anverite, li va viv,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 18:10 “Alò, li kapab gen yon fis ki volè, ki vèse san, e ki fè nenpòt nan bagay sa yo,
EZE 18:11 o malgre li pa t fè okenn nan bagay sa yo, men li konn manje kote lotèl mòn yo e souye ak madanm a vwazen li,
EZE 18:12 Oprime malere ak endijan, te fè vòl desepsyon an, pa remèt sa li pwomèt, epi te leve zye li a zidòl, te komèt abominasyon,
EZE 18:13 te prete lajan sou enterè pou l pran benefis sou malere; èske l ap viv? Li p ap viv! Li te komèt tout abominasyon sila yo; anverite, li va mouri. San li va tonbe sou pwòp tèt li.
EZE 18:14 “Alò, gade byen, si li gen yon fis ki te wè tout peche papa l te komèt, e lè l wè sa, li fè lakrent pou l pa fè menm jan.
EZE 18:15 “Li pa manje nan lotèl mòn yo ni leve zye li a zidòl lakay Israël yo, ni souye ak madanm vwazen li,
EZE 18:16 Ni oprime okenn moun, ni refize remèt sa li te pwomèt pou l te fè, ni pa vòlè, men li bay pen li a moun grangou yo e kouvri sila ki toutouni yo ak rad,
EZE 18:17 Li retire men li sou malere a, li pa egzije enterè, ni pwofi, men li fè règleman Mwen yo e mache nan lòd mwen yo; li p ap mouri pou inikite a papa li. Anverite, li va viv.
EZE 18:18 Alò, pou papa li, akoz li te pratike opresyon, te vòlè frè li, e te fè sa ki pa t bon pami pèp li a, gade byen, li va mouri nan inikite li a.
EZE 18:19 “Malgre sa, ou di: ‘Poukisa fis la pa pote pinisyon pou inikite a papa li? Lè fis la pratike jistis ak ladwati, swiv tout lòd Mwen yo e fè yo, anverite, li va viv.
EZE 18:20 Moun ki fè peche a va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la. Ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.
EZE 18:21 “Men si moun mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri.
EZE 18:22 Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz ladwati ke li te vin pratike a, li va viv.
EZE 18:23 Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo?” deklare Senyè BONDYE a: “pou M pa pito ke li ta vire kite chemen li an pou viv?”
EZE 18:24 “Men, lè yon nonm ladwati vire kite ladwati li a, komèt inikite e fè selon tout abominasyon ke yon nonm mechan konn fè, èske li va viv? Tout zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje akoz trèt ke li te fè ak peche ke li te komèt la. Nan peche li ke li te peche a, li va mouri.
EZE 18:25 “Men nou di: ‘Wout Senyè pa dwat.’ Koute koulye a, O lakay Israël! Èske wout Mwen an pa dwat? Èske chemen Mwen pa nivo? Èske se pa chemen pa nou an ki pa nivo?
EZE 18:26 Lè yon moun ladwati vire kite ladwati li, komèt inikite e mouri akoz li, pou inikite ke li te komèt la, li mouri nan inikite li te fè a.
EZE 18:27 Ankò, lè yon nonm mechan vire kite mechanste ke li te komèt pou pratike lajistis ak ladwati, li va sove nanm li vivan.
EZE 18:28 Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri.
EZE 18:29 Men lakay Israël ap di: ‘Wout Senyè a pa dwat.’ Èske wout Mwen yo pa dwat, O lakay Israël? Èske se pa wout pa ou yo ki pa dwat?
EZE 18:30 “Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li,” deklare Senyè BONDYE a. “Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe.
EZE 18:31 Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël?
EZE 18:32 Paske Mwen pa pran plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri,” deklare Senyè BONDYE a. “Akoz sa, repanti pou viv.”
EZE 19:1 “Pou nou menm, komanse fè gwo lamantasyon pou prens Israël yo,
EZE 19:2 Epi di: ‘Kisa manman ou te ye? Yon manman lyon pami lyon yo! Li te kouche pami jenn ti lyon yo; pami jenn lyon yo, li te leve pitit li yo.
EZE 19:3 Lè l te fin leve youn nan pitit li yo, pitit la te devni yon lyon. Li te vin aprann jan pou li dechire bèt pou li manje; li te devore moun.
EZE 19:4 Alò, nasyon yo te tande de li; li te vin kaptire nan twou fòs pa yo, e yo te mennen li ak kwòk, rive nan peyi Égypte.
EZE 19:5 “‘Lè manman lyon an te wè ke li te tann, men ke espwa li te vin pèdi, li te pran yon lòt nan pitit li yo, e te fè l vin yon jenn ti lyon.
EZE 19:6 Konsa, li te mache toupatou pami lyon yo. Li te devni yon jenn ti lyon. Li te aprann jan pou kenbe viktim li. Li te devore moun.
EZE 19:7 Li te konnen gran palè yo, e li te devaste vil yo. Peyi a ak tout bèlte li te vin gate nèt, akoz son a gwonde li.
EZE 19:8 Nasyon yo te atake li tout kote soti nan pwovens yo. Yo te ouvri filè yo sou li. Li te vin kaptire nan twou fòs yo.
EZE 19:9 Yo te mete li nan yon kalòj ak kwòk, e te mennen li kote wa Babylone nan. Yo te mennen li andedan fò yo pou vwa l pa tande menm ankò sou mòn Israël yo.
EZE 19:10 “‘Manman ou te tankou yon lyann nan san ou an. Li te plante bò kote dlo. Li te plen fwi ak anpil branch, akoz dlo an abondans.
EZE 19:11 Li te gen branch ki dyanm, ki ta ka sèvi pou baton wa yo. Wotè li te leve pi wo nwaj yo pou moun ta ka wè l nan tout wotè li ak tout branch li yo.
EZE 19:12 Men li te vin rache ak kòlè. Li te jete atè nèt, epi van nan lès te seche fwi li yo. Gwo branch dyanm li yo te vin rache. Yo te fennen. Dife te manje yo nèt.
EZE 19:13 Epi koulye a, li vin plante nan dezè a, nan yon peyi ki sèch e ki swaf.
EZE 19:14 Dife a fin gaye nan tout branch li yo. Li te konsonmen boujon ak fwi li yo, jiskaske pa t gen ladann yon branch ki dyanm, pou fè baton pou wa a.’ Sa se yon lamantasyon. Konsa, li va sèvi kon yon lamantasyon.”
EZE 20:1 Alò, nan setyèm ane, nan senkyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, kèk nan ansyen Israël yo te vin mande SENYÈ a konsèy. Yo te chita devan m.
EZE 20:2 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 20:3 “Fis a lòm, pale ak ansyen Israël yo pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske nou vini la pou mande M konsèy? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Nou p ap vin mande M konsèy.’”
EZE 20:4 “Èske ou va jije yo, fis a lòm? Èske ou va jije yo? Fè yo konnen abominasyon a papa yo.
EZE 20:5 Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke M te chwazi Israël la, e te sèmante a desandan a lakay Jacob yo, pou te revele Mwen menm a yo menm nan peyi Égypte la, lè M te sèmante a yo menm, e te di: ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,’
EZE 20:6 nan jou sa a, Mwen te sèmante a yo menm pou mennen fè yo sòti nan peyi Égypte, pou antre nan yon peyi ke M te chwazi pou yo, ki koule lèt avèk siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo.
EZE 20:7 Mwen te di a yo menm: ‘Voye jete, nou chak, bagay abominab a zye nou yo, e pa souye tèt nou ak zidòl Égypte yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’
EZE 20:8 “‘“Men yo te fè rebèl kont Mwen, e yo pa t dakò koute Mwen. Yo pa t voye jete bagay abominab a zye yo, ni yo pa t abandone zidòl a Égypte yo. Konsa, Mwen te detèmine pou vide gwo chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen sou yo nan mitan peyi Égypte la.
EZE 20:9 Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta vin degrade nan zye a nasyon pami sila yo te rete yo, nan zye a sila Mwen te fè Mwen menm rekonèt a yo, lè M te fè yo sòti nan peyi Égypte la.
EZE 20:10 Konsa, Mwen te retire yo nan peyi Égypte pou te mennen yo nan dezè a.
EZE 20:11 Mwen te bay yo lalwa Mwen yo, e te fè yo rekonèt règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo.
EZE 20:12 Anplis, Mwen te bay yo Saba Mwen yo pou vin yon sign antre Mwen menm ak yo, pou yo ta ka konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye yo a.
EZE 20:13 “‘“Men lakay Israël te fè rebèl kont Mwen, nan dezè a. Yo pa t mache nan lalwa Mwen yo, e yo te refize règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo. Epi Saba Mwen yo, yo te vin pwofane nèt. Konsa, Mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo nan dezè a, pou manje yo nèt.
EZE 20:14 Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta degrade nan zye a nasyon yo, devan zye a sila Mwen te fè yo sòti yo.
EZE 20:15 Anplis, Mwen te sèmante a yo nan dezè a pou Mwen pa ta mennen yo antre nan peyi ke M te bay a, yo menm nan, peyi ki t ap koule ak siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo,
EZE 20:16 akoz yo te rejte règleman Mwen yo e pou lalwa Mwen yo, yo pa t mache ladan yo. Menm Saba Mwen yo, yo te pwofane yo, paske kè yo te tout tan ap mache dèyè zidòl yo.
EZE 20:17 Malgre sa, zye M te epanye yo olye de detwi yo e Mwen pa t detwi yo nèt nan dezè a.
EZE 20:18 Mwen te di a pitit yo nan dezè a: ‘Pa mache nan règleman a papa nou yo, ni swiv règleman yo oswa souye tèt nou ak zidòl yo.
EZE 20:19 Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Mache nan règleman Mwen yo e swiv òdonans Mwen yo pou fè yo.
EZE 20:20 Sanktifye Saba Mwen yo. Konsa, yo va vin yon sign antre Mwen menm ak nou, pou nou ka konnen ke Mwen se SENYÈ Bondye nou an.’
EZE 20:21 “‘“Men pitit yo te fè rebèl kont Mwen. Yo pa t mache nan règleman Mwen yo, ni yo pa t fè atansyon pou swiv òdonans Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv la. Yo te pwofane Saba Mwen yo. Konsa, mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen kont yo nan dezè a.
EZE 20:22 Men Mwen te ralanti men M. Konsa, Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta vin degrade devan zye a nasyon yo devan zye sila Mwen te fè yo sòti yo.
EZE 20:23 Anplis, Mwen te sèmante a yo menm nan dezè a pou Mwen ta gaye yo pami nasyon yo, e dispèse yo nan tout peyi yo,
EZE 20:24 akoz yo pa t swiv òdonans Mwen yo, men te refize tout règleman Mwen yo, te pwofane Saba Mwen yo, e zye yo te sou zidòl a papa zansèt yo.
EZE 20:25 Mwen te bay yo anplis, règleman ki pa t bon ak òdonans yo sou sila yo pa t ka viv.
EZE 20:26 Mwen te deklare yo pa pwòp akoz de sakrifis yo. Yo te koze tout premye ne yo pase nan dife, pou Mwen ta fè yo vin sanzespwa; konsa, pou yo ta konnen ke se Mwen menm ki SENYÈ a.”’
EZE 20:27 “Pou sa, fis a lòm, pale ak lakay Israël pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malgre nan sa, papa zansèt nou yo te blasfeme Mwen lè yo te enfidèl a lalwa M.
EZE 20:28 Lè Mwen te mennen yo nan peyi ke M te sèmante pou bay yo a, yo te vin wè tout kolin wo ak tout bwa ki plen fèy yo. La, yo te ofri sakrifis yo, e la, yo te prezante ofrann ki te fè M fache nèt. La, yo te fè monte odè santi bon, e la, yo te vide ofrann bwason yo.
EZE 20:29 Konsa, Mwen te di yo: ‘Kisa wo plas kote nou prale a ye?’ Pou sa, yo rele non plas sa a “Bama “jis rive jou sa a.”’
EZE 20:30 “Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske nou va souye tèt nou menm, swiv abitid papa zansèt nou yo e jwe pwostitiye apre bagay abominab yo?
EZE 20:31 Lè nou ofri ofrann nou yo, lè nou fè fis nou yo pase nan dife, nou ap souye tèt nou ak tout zidòl yo jis rive nan jou sa a. Epi èske nou ta dwe vin mande Mwen konsèy, O lakay Israël? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a, Mwen p ap kite nou mande M anyen.
EZE 20:32 “‘“Sa ki vini nan lespri nou an, se pa sa k ap rive vre, lè nou di: ‘Nou va tankou lòt nasyon yo, tankou fanmi a peyi yo, k ap sèvi bwa ak wòch yo.’
EZE 20:33 Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Anverite, ak yon men pwisan, ak yon bra lonje e avèk chalè a kòlè Mwen vide deyò, Mwen va vin wa sou nou.
EZE 20:34 Mwen va mennen nou soti nan tout pèp yo, rasanble nou soti nan peyi kote nou gaye yo, ak yon men pwisan, ak yon bra lonje e ak chalè kòlè Mwen vide nèt.
EZE 20:35 Epi Mwen va mennen nou antre nan dezè a pèp yo, e la Mwen va antre nan jijman avèk nou fasafas.
EZE 20:36 Jan Mwen te antre nan jijman ak papa zansèt nou yo nan dezè an Égypte la, konsa Mwen va antre nan jijman avèk nou”, deklare Senyè BONDYE a.
EZE 20:37 “Mwen va fè nou pase anba baton, e Mwen va mennen nou antre anba angajman akò a.
EZE 20:38 Mwen va fè retire pami nou, rebèl ak sila ki transgrese kont Mwen yo. Mwen va mennen yo sòti nan peyi kote yo demere a, men yo p ap antre nan peyi Israël. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
EZE 20:39 “Pou nou menm, O lakay Israël,” deklare Senyè Bondye a: “Ale, nou chak sèvi zidòl pa nou; menm pi ta tou, si nou p ap koute M. Men nou p ap pwofane non sen M ankò ak ofrann ak zidòl nou yo.
EZE 20:40 Paske sou mòn sen Mwen an, sou wotè mòn Israël la,” deklare Senyè BONDYE a: “la, tout lakay Israël, yo tout, va sèvi Mwen nan peyi a. La Mwen va aksepte yo, e la, Mwen va egzije ofrann nou yo, avèk ofrann premye fwi nou yo, ak tout bagay sen nou yo.
EZE 20:41 Kon yon odè santi bon, Mwen va aksepte nou lè Mwen mennen nou sòti nan pèp yo, e rasanble nou soti nan peyi kote nou te gaye yo. Epi Mwen va vin sen nan nou devan zye a tout nasyon yo.
EZE 20:42 Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè mwen mennen nou fè nou antre nan peyi Israël la, nan peyi ke M te sèmante pou bay a papa zansèt nou yo.
EZE 20:43 La, nou va sonje chemen nou yo ak tout zèv yo avèk sila nou te souye tèt nou yo. Epi nou va rayi pwòp tèt nou nan pwòp zye nou pou tout bagay mal ke nou te fè yo.
EZE 20:44 Konsa, nou va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a, lè Mwen fin regle avèk nou pou koz non Mwen, pa selon chemen mechan nou yo, ni selon zak konwonpi nou yo, O lakay Israël,” deklare Senyè BONDYE a.’”
EZE 20:45 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
EZE 20:46 “Fis a lòm, mete figi ou vè Théman. Pale fò kont tout sid la, e pwofetize kont peyi forè nan Negev la.
EZE 20:47 Di a forè Negev la: ‘Koute pawòl SENYÈ a. Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen prèt pou limen yon dife nan nou, e li va konsonmen tout bwa vèt nan nou menm ak tout bwa sèch. Flanm dife sa a p ap etenn e tout sifas latè soti nan sid jis rive nan nò va brile pa li menm.
EZE 20:48 Tout chè va wè ke Mwen menm, SENYÈ a, te limen li. Li p ap etenn.”’”
EZE 20:49 Epi mwen te di: “O Senyè BONDYE! Y ap di de mwen: ‘Èske se pa parabòl sèlman l ap pale?’”
EZE 21:1 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di:
EZE 21:2 “Fis a lòm, ranje figi ou vè Jérusalem. Pale kont sanktyè yo e pwofetize kont peyi Israël:
EZE 21:3 Di a peyi Israël la: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen vin kont nou. Mwen va rale nepe Mwen nan fouwo, e Mwen va koupe retire de nou moun dwat yo ak mechan yo.
EZE 21:4 Konsa, lè M ap koupe retire nèt de nou, moun dwat yo ansanm ak mechan yo, nan menm fwa, nepe M va rale soti nan fouwo li, kont tout chè soti nan sid jis rive nan nò.
EZE 21:5 Konsa, tout chè va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te rale nepe Mwen sòti nan fouwo. Li p ap remete nan fouwo ankò.”’
EZE 21:6 “Pou ou menm, fis a lòm, plenn fò nan gòj ou ak kè kase, ak doulè òrib. Plenn nan gòj devan zye yo, ak kè kase, byen amè.
EZE 21:7 Konsa, lè yo mande ou, ‘Poukisa w ap plenn nan?’ ou va di: ‘Akoz nouvèl k ap vini an! Tout kè va fann, tout men va vin pèdi fòs, nanm a tout moun va vin fennen e tout jenou yo va vin fèb tankou dlo. Gade byen, sa ap vini e sa va fèt’, deklare Senyè BONDYE a.’”
EZE 21:8 Ankò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
EZE 21:9 “Fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Yon nepe! Yon nepe! Li file e anplis, klere!
EZE 21:10 File pou fè yon masak, klere pou tire kon kout loray! Èske se konsa nou dwe fè kè kontan? Baton fis Mwen an, kondane dènye pyebwa a.
EZE 21:11 Li fèt pou li ta poli, pou yo kab manyen li. Nepe a file e poli, pou plase nan men a sila k ap touye a.
EZE 21:12 Kriye fò e rele anmwey, fis a lòm; paske li kont pèp Mwen an, li kont tout prens Israël yo. Yo vin livre a nepe a avèk pèp Mwen an. Akoz sa, frape kwis ou.
EZE 21:13 “Paske gen yon tribinal. Kisa pou di si menm baton ki kondane a pa la ankò?” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 21:14 “Pou sa, ou menm, fis a lòm, pwofetize e bat men ou ansanm. Kite nepe a vin double pou twazyèm fwa a, nepe pou tout sila ak blesi fatal yo. Se nepe pou gran an ki pote yon blesi fatal. Nan chanm yo l ap antre.
EZE 21:15 Pou kè yo ka fann, e anpil moun tonbe sou pòtay yo, Mwen te plase nepe klere a devan tout potay yo. Ah! Li fèt pou frape tankou loray; li byen pwenti ak lentansyon fè masak.
EZE 21:16 Rasanble nou menm. Ale adwat! Pozisyone ou byen alinye! Ale agoch, nenpòt kote ou gade.
EZE 21:17 Anplis, Mwen va bat men M ansanm; Mwen va satisfè chalè kòlè Mwen. Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale li.”
EZE 21:18 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 21:19 “Pou ou menm, fis a lòm, fè de wout pou nepe wa Babylone nan kapab vini. Toulède va sòti nan yon sèl peyi. Epi fè yon endikasyon sou poto bwa. Fè l nan tèt wout pou antre nan vil la.
EZE 21:20 Ou va trase wout la pou nepe a vin rive nan Rabbath a fis a Ammon yo, e vè Juda, nan Jérusalem fòtifye a.
EZE 21:21 Paske wa Babylone nan te kanpe nan kote wout yo divize a, nan tèt a de wout yo, pou fè sèvis divinò. Li te souke flèch yo, li konsilte zidòl lakay yo, li egzamine fwa a.
EZE 21:22 Sou men dwat li, osò a te parèt; ‘Jérusalem,’ pou monte ak gwo mòso bwa long pou kraze pòtay yo, pou ouvri bouch pou masak la, pou leve vwa gwo kri batay la, pou mete gwo bout bwa long yo kont pòtay yo, pou monte ran syèj yo, pou bati yon miray syèj.
EZE 21:23 Epi sa va pou yo kon yon fo divinasyon nan zye yo. Yo te fè sèman solanèl, men li mennen inikite nan memwa yo, pou yo ka vin sezi yo.
EZE 21:24 “Akoz sa”, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou te mennen inikite nan memwa nou, nan sa, transgresyon nou yo vin dekouvri nèt. Konsa, pou tout zak nou yo, peche nou vin parèt—akoz nou vin sonje yo, men an va vin sezi nou.
EZE 21:25 “‘Epi ou menm, O nonm mechan an ak blesi fatal la, prens Israël la, ou menm ak jou ki rive a, nan moman pinisyon final lan.
EZE 21:26 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Retire mouchwa sou tèt ou a, e retire kouwòn nan. Sa p ap menm ankò. Leve sa ki ba e bese sa ki wo.
EZE 21:27 Mwen va boulvèse, boulvèse, boulvèse tout sa a. Sa tou p ap genyen li ankò jiskaske Sila ki gen dwa a, vini, e Mwen va bay li a Li menm.”’
EZE 21:28 “Ou menm, fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan fis a Ammon yo e konsènan ‘repwòch’ yo: “Yon nepe, yon nepe fin rale! Li klere pou masak la, pou fè l konsonmen nèt, pou li kapab tankou loray.
EZE 21:29 Pandan yo wè pou ou fo vizyon yo, pandan yo devine manti pou ou, pou mete ou sou kou a mechan ki gen blesi fatal la, jou a sila ki fin rive a, nan lè pinisyon final la.
EZE 21:30 Remete li nan fouwo a. Nan plas kote ou te kreye a, nan pwòp peyi ou an, Mwen va jije ou.
EZE 21:31 Mwen va vide kòlè Mwen sou ou. Mwen va soufle sou ou ak dife kòlè Mwen e Mwen va livre ou nan men a lèzòm brital yo; sila ak gran kapasite pou detwi.
EZE 21:32 Ou va vinbwa sèch pou dife a; san ou va vide nan mitan peyi a. Yo p ap sonje ou ankò; paske Mwen menm, SENYÈ a, fin pale.”’”
EZE 22:1 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
EZE 22:2 “Epi ou menm, fis a lòm, èske ou va jije? Èske ou jije vil sanglan an? Alò, fè l konnen tout abominasyon li yo.
EZE 22:3 Ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon vil k ap vèsè san nan mitan li, pou tan pa li ka vini e ki fè zidòl kont enterè li, pou l ka vin souye!
EZE 22:4 Ou te vin koupab pa san ke ou te vèse yo e vin souye pa zidòl ke ou te fè yo. Konsa, ou te mennen jou ou a vin pre, e ou fin rive nan ane ou yo. Akoz sa a, Mwen te fè ou vin yon repwòch pou nasyon yo, e yon vye rizib pou tout peyi yo.
EZE 22:5 Sila ki pre ak sila ki lwen ou yo va moke ou, ou menm ak move repitasyon, plen twoub.
EZE 22:6 “‘“Gade byen, chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an.
EZE 22:7 Nan ou yo te trete papa ak manman a lejè. Etranje yo te oprime nan mitan ou. Òfelen ak vèv yo te maltrete nan ou.
EZE 22:8 Ou te meprize bagay sen Mwen yo, e ou pwofane Saba Mwen yo.
EZE 22:9 Mesye medizan yo te anndan ou nan bi pou yo ta ka vèse san. Nan ou, yo te manje sou lotèl mòn yo. Nan mitan ou, yo te komèt zak ki tèlman lèd.
EZE 22:10 Nan ou, yo te dekouvri nidite a papa yo. Nan ou, yo te imilye fanm ki pa t pwòp akoz règ yo.
EZE 22:11 Youn te komèt abominasyon ak madanm a vwazen li, e yon lòt, nan yon zak byen lèd, te souye bèlfi li. Epi yon lòt, nan ou, te imilye sè li, pitit a papa li.
EZE 22:12 Nan ou, yo te touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 22:13 “‘“Alò, gade byen, Mwen frape men M kont pwofi malonèt ou, ke ou te vin genyen nan vèse san moun pami ou.
EZE 22:14 Èske kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji.
EZE 22:15 Mwen va gaye ou pami nasyon yo, Mwen va dispèse ou nan tout peyi yo, e Mwen va fè disparèt sa ki pa pwòp pami ou.
EZE 22:16 Ou va pwofane tèt ou devan zye a tout nasyon yo, e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
EZE 22:17 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 22:18 “Fis a lòm, lakay Israël la te vin dechè pou Mwen. Yo tout se bwonz, fè blan, fè ak plon nan fou. Yo se dechè ajan.
EZE 22:19 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou tout te vin dechè, pou sa, gade byen, Mwen pral rasanble nou nan mitan Jérusalem.
EZE 22:20 Jan yo rasanble ajan, bwonz, fè, plon, ak fè blan nan fou pou soufle dife sou li pou fann li, konsa, Mwen va rasanble nou nan mekontantman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, e la, Mwen va depoze nou pou fann nou.
EZE 22:21 Mwen va rasanble nou pou soufle sou nou avèk dife kòlè Mwen, e nou va vin fann nèt nan mitan li.
EZE 22:22 Tankou ajan fann nan founo, se konsa nou va fann nan mitan li. Konsa, nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te vide chalè kòlè Mwen sou nou.’”
EZE 22:23 Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 22:24 “Fis a lòm, di a fi a: ‘Ou se peyi ki pa pwòp la, ki p ap gen lapli nan jou kòlè a.’
EZE 22:25 Gen konplo a pwofèt nan mitan li yo, kon yon lyon voras k ap dechire bèt pou li manje. Yo fin devore nanm moun. Yo te pran trezò presye ak tout bagay chè yo. Yo te fè anpil vèv nan mitan li.
EZE 22:26 Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an, e te pwofane bagay sen Mwen yo. Yo pa t fè okenn separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, ni yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. Yo kache zye yo devan Saba Mwen yo, e Mwen vin pwofane pami yo.
EZE 22:27 Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi lavi pou fè benefis malonèt.
EZE 22:28 Pwofèt li yo blanchi tout bagay ak lacho pou yo, nan fè fo vizyon ak divinasyon manti pou yo; divinasyon k ap di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’, lè SENYÈ a pa t pale.
EZE 22:29 Pèp peyi a te pratike opresyon ak vòl, yo te vòlè malere ak endijan yo, e te oprime sila ki rete pami yo san jistis.
EZE 22:30 “Mwen te chache pami yo yon nonm ki pou ta bati miray la, e kanpe nan brèch la devan Mwen pou peyi a, pou M pa ta detwi li, men Mwen pa t jwenn pèsòn.
EZE 22:31 Pou sa, Mwen fin vide chalè a kòlè Mwen sou yo. Mwen te konsonmen yo nèt ak dife a chalè kòlè Mwen. Chemen pa yo, Mwen te fè l desann sou tèt yo,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 23:1 Pawòl SENYÈ a te vini kote Mwen ankò e te di:
EZE 23:2 “Fis a lòm, te gen de fanm, fi a yon sèl manman.
EZE 23:3 Yo te jwe pwostitiye an Égypte. Yo te jwe pwostitiye a nan jenès yo. Tete yo te peze e flè vyèj yo te touche.
EZE 23:4 Non yo se te Ohola ak sè li, Oholiba. Konsa, yo te vin pou Mwen, epi yo te vin fè fis ak fi. Epi pou zafè non yo a, Samarie se Ohola e Jérusalem se Oholiba.
EZE 23:5 “Ohola te jwe pwostitiye a pandan li te pou Mwen an. Li te kouri ak anvi dèyè moun ki renmen li yo, dèyè Asiryen yo, vwazen li yo.
EZE 23:6 Sila yo te abiye an mov, chèf ak ofisye yo. Yo tout te bèl jenn gason, chevalye k ap galope cheval.
EZE 23:7 Li te pataje pwostitiye li ak yo; tout nan yo te dè mesye byen chwazi an Assyrie. Epi avèk yo tout, li te kouri ak anvi lachè a, ak tout zidòl yo, li te souye tèt li.
EZE 23:8 Li pa t abandone zak pwostitisyon li yo ki te la depi nan tan Égypte la; paske nan jenès li, gason te kouche avèk li. Yo te manyen tete vyèj li e te vide dezi lachè sou li.
EZE 23:9 “Akoz sa, Mwen te bay li nan men a moun ki renmen li yo, nan men Asiryen yo. Sou sila yo, li te pote anvi lachè yo.
EZE 23:10 Yo te dekouvri nidite li. Yo te pran fis ak fi li yo, men yo te touye li menm ak nepe. Konsa, li te vin yon pawòl avètisman pami fanm yo, e yo te egzekite jijman yo sou li.
EZE 23:11 “Alò sè li, Oholiba, te wè sa, men li menm te vin pi konwonpi nan anvi pa li a ke sè li a, e pwostitiye li a te pi mal pase pwostitiye sè li.
EZE 23:12 Li te gen anvi pou Asiryen yo, chèf yo, ak ofisye yo, sila ki pre yo, sila ki abiye kon prens yo, chevalye k ap galope cheval yo, yo tout se bèl gason byen pòtan.
EZE 23:13 Mwen te wè ke li te souye tèt li. Yo toulède te pran menm wout la.
EZE 23:14 “Konsa, li te fè pwostitiye li a vin pi gwo. Epi li te wè pòtre gason yo sou miray la, imaj a Kaldeyen yo fèt an penti wouj,
EZE 23:15 abiye ak sentiwon nan ren yo, avèk mòso twal long nan tèt yo, yo tout te sanble ofisye, tankou Babilonyen ki Chaldée yo, peyi nesans yo.
EZE 23:16 Lè li te wè yo, li te fè gwo anvi lachè dèyè yo, e te voye mesaje kote yo Chaldée.
EZE 23:17 Babilonyen yo te vin kote li sou kabann lanmou an e te souye li ak pwostitiye yo. Epi lè li te fin defile ak yo, li te bouke jis li about ak yo.
EZE 23:18 Konsa, li te dekouvri zak pwostitisyon li an e li te dekouvri nidite li, epi Mwen te vin about avèk li, menm jan Mwen te about ak sè li a.
EZE 23:19 Malgre sa, li te miltipliye pwostitisyon li yo, lè l te sonje jou jenès li yo, lè l te konn jwe pwostitiye nan peyi Égypte la.
EZE 23:20 Li te fè lanvi nan kouri dèyè tout moun ki gen chè tankou chè bourik ak ekoulman kon ekoulman cheval yo.
EZE 23:21 Konsa, ou te fè lanvi pou bagay lèd jenès ou yo lè Ejipsyen yo te konn manyen lestonmak ou akoz tete jenès ou yo.
EZE 23:22 “Akoz sa, Oholiba, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va fè moun ki renmen ou yo soulve kont ou, soti nan sila yo ki pa byen avè w, e Mwen va mennen yo kont ou sou tout kote:
EZE 23:23 Babilonyen yo ak tout Kaldeyen yo, Pekod, Schoa, Koa, ak tout Asiryen ki avèk yo; yo tout, jenn gason byen pòtan yo, chèf yo ak tout ofisye yo, ofisye ak mesye ki gen bon renome yo, tout sila k ap galope cheval yo.
EZE 23:24 Yo va vini kont ou ak zam, cha, ak charyo e avèk yon gwo twoup moun yo. Yo va mete yo menm kont ou avèk zam, cha e avèk gwo twoup moun. Yo va mete yo kont ou tout kote ak nepe, boukliye ak kas. Konsa, Mwen va angaje jijman a yo menm e yo va jije ou selon koutim yo.
EZE 23:25 Mwen va pozisyone jalouzi Mwen kont ou, pou yo ka aji avèk ou nan kòlè a gwo chalè Mwen an. Yo va retire nen ou ak zòrèy ou. Sila ki chape yo va tonbe pa nepe. Yo va pran fis ou yo ak fi ou yo, e sila ki chape yo va manje nan dife.
EZE 23:26 Anplis, yo va retire tout rad sou ou e yo va pran bèl bijou ou yo.
EZE 23:27 Konsa, Mwen va fè zak lèd ak zak pwostitisyon ke ou mennen sòti an Égypte yo vin sispann nan ou, pou ou pa leve zye ou bay yo, ni sonje Égypte ankò.’
EZE 23:28 “Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va livre ou nan men a sila ke ou rayi yo, nan men a yo menm de sila ou te vin ekate yo.
EZE 23:29 Yo va aji avèk ou ak rayisman, pran tout sa ou posede e kite ou toutouni san anyen menm. Konsa, nidite a zak pwostitisyon ou yo va vin ekspoze, ni zak lèd ou yo, ni zak pwostitisyon ou yo.
EZE 23:30 Bagay sa yo ap fèt a ou menm akoz ou te jwe pwostitiye ak nasyon yo, akoz ou te souye tèt ou ak zidòl yo.
EZE 23:31 Ou te mache nan chemen a sè ou a. Pou sa, Mwen va mete tas pa li a nan men ou.’
EZE 23:32 “Konsa pale Senyè BONDYE a: “Ou va bwè tas a sè ou a ki fon e ki laj. Yo va ri sou ou e fè rizib sou ou. Li byen gwo.
EZE 23:33 Ou va vin plen ak soulay ak tristès, tas a gwo laperèz ak dezolasyon, tas a sè ou a, Samarie.
EZE 23:34 Ou va bwè li e vide li nèt. Epi ou va manje sou ti mòso chire yo e dechire tete ou; paske Mwen te pale sa a”, deklare Senyè BONDYE a.
EZE 23:35 “Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou te bliye Mwen e te jete Mwen dèyè do ou, se pou ou sipòte, koulye a, pinisyon zak lèd ak zak pwostitisyon ou yo.’”
EZE 23:36 Anplis, SENYÈ a te di mwen: “Fis a lòm, èske ou va jije Ohola ak Oholiba? Alò, deklare a yo menm abominasyon yo.
EZE 23:37 Paske yo te komèt adiltè e yo gen san nan men yo. Konsa, yo te komèt adiltè ak zidòl yo e te menm fè fis yo, ke yo te fè pou Mwen yo, pase nan dife pou sèvi kon manje zidòl.
EZE 23:38 Ankò, yo te fè M sa: yo te souye sanktyè Mwen an nan menm jou a, e te pwofane Saba Mwen yo.
EZE 23:39 Paske lè yo te fin masakre tout fis yo pou zidòl yo, yo te antre nan sanktyè Mwen an nan menm jou a pou pwofane li; epi konsa, yo te fè anndan lakay Mwen an.
EZE 23:40 “Anplis, sè ou yo te menm voye pou mesye ki te sòti lwen yo, a sila yon mesaje te voye. Epi gade byen, yo te vini. Pou sa a, ou te benyen kò w, pentire zye ou, e dekore tèt ou ak bijou yo.
EZE 23:41 Ou te chita sou yon sofa byen bèl ak yon tab byen ranje devan l sou sila ou te mete lansan Mwen ak lwil Mwen an.
EZE 23:42 “Bri a yon fèt ki plen moun ki alèz te avèk li. Lèzòm klas ba, ak moun banal yo te mennen soti nan dezè a. Yo te mete braslè nan men a fanm sa yo ak bèl kouwòn nan tèt yo.
EZE 23:43 Epi Mwen te di a li menm ki te epwize nèt akoz adiltè li yo: ‘Èske yo va jwe pwostitiye ak li, koulye a, pandan li konsa a?
EZE 23:44 Men yo te antre ladann konsi yo t ap antre nan yon pwostitiye. Konsa, yo te antre nan Ohola ak Oholiba, fanm zak lèd yo.
EZE 23:45 Men yo menm, moun ladwati yo, va jije yo ak jijman a yon fanm adiltè, e avèk jijman a yon fanm ki te vèse san, akoz se fanm adiltè ke yo ye, epi yo gen san sou men yo.
EZE 23:46 “Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Mennen yon twoup kont yo e livre yo a gwo laperèz ak piyaj.
EZE 23:47 Twoup sa a va lapide yo ak wòch e rache yo ak nepe yo. Yo va touye fis ak fi yo e brile lakay yo ak dife.
EZE 23:48 “‘Konsa, Mwen va fè zak lèd yo kite peyi a, pou tout fanm yo kapab vin avèti e pa komèt zak lèd jan nou konn fè a.
EZE 23:49 Zak lèd nou yo va vin rekonpanse sou nou e nou va pote pinisyon pou adorasyon zidòl nou yo. Konsa, nou va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.’”
EZE 24:1 Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen, nan nevyèm ane, nan dizyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, e te di:
EZE 24:2 “Fis a lòm, ekri non a jou a, jou sa a menm. Wa Babylone nan te vin mete syèj sou Jérusalem nan menm jou sa a.
EZE 24:3 Pale yon parabòl a kay rebèl la pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mete chodyè a sou dife a. Mete l, e anplis, vide dlo ladann.
EZE 24:4 Mete mòso yo ladann, tout bon mòso yo: kwis ak zepòl la. Plen li ak zo byen chwazi yo.
EZE 24:5 Pran mouton ki pi byen chwazi nan bann moutan an, e anplis, mete pil bwa anba chodyè a. Fè l bouyi fò. Anplis, fè bouyi zo ki ladann yo nèt.”
EZE 24:6 “‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Malè a peyi sanglan sila a, a chodyè nan sila gen lawouy ladan l! Lawouy la ki pa sòti ladan l! Retire ladan mòso pa mòso, san menm tire osò.
EZE 24:7 “‘“Paske san fanm nan vèse se nan mitan l. Li te mete l sou wòch vid la. Li pa t vide li atè a, pou kouvri li ak pousyè.
EZE 24:8 Pou l kapab koze gwo chalè ak kòlè k ap pran vanjans, Mwen te mete san li sou wòch vid la, pou li kab pa kouvri.”
EZE 24:9 “‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Malè a vil sanglan sila a! Anplis, Mwen menm, Mwen va fè pil la gwo.
EZE 24:10 Ogmante bwa a. Byen ranje dife a. Bouyi chè vyann nan byen. Mele epis ladann e kite zo yo vin brile.
EZE 24:11 Epi mete li vid sou chabon limen li an pou li ka byen cho, pou bwonz li an kapab gen koulè wouj pou tout salte li yo kapab vin fann ladann, jiskaske lawouy li a fin manje nèt.
EZE 24:12 Fi a te fè M fatige ak travay di ke M fè; malgre sa, gwo lawouy li a pa t kite li. Kite lawouy li a rete nan dife a!
EZE 24:13 “‘“Nan salte ou a se tout zak ki lèd yo. Akoz mwen ta netwaye ou, malgre sa, ou pa pwòp; ou p ap vin pwòp de salte ou yo jiskaske Mwen fè chalè kòlè Mwen an sou ou poze.
EZE 24:14 “‘“Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale. Sa ap vini e Mwen va aji. Mwen p ap ralanti e Mwen p ap gen pitye ni mwen p ap gen regrè. Selon zak ou yo, Mwen va jije ou,” deklare Senyè BONDYE a.’”
EZE 24:15 Konsa, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
EZE 24:16 “Fis a lòm, gade byen, Mwen prèt pou retire sou ou dezi zye ou yo ak yon sèl kou; men ou p ap plenyen, ni ou p ap kriye, ni dlo p ap vini nan zye ou.
EZE 24:17 Plenn nan gòj san fè bri. Pa fè dèy pou mò. Mare mòso twal long ou nan tèt ou, mete soulye nan pye ou. Pa kouvri bouch ou e pa manje pen fè dèy.”
EZE 24:18 Konsa, mwen te pale ak pèp la nan maten an, e nan aswè, madanm mwen te mouri. Konsa, nan maten an, mwen te fè jan yo te kòmande mwen an.
EZE 24:19 Pèp la te mande m: “Èske ou p ap di nou kisa sa vle di ke ou ap aji konsa?”
EZE 24:20 Epi mwen te di yo: “Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 24:21 ‘Pale ak lakay Israël: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou pwofane sanktyè Mwen an, ògèy a pouvwa nou an, dezi a zye nou, e plezi a nanm nou. Epi fis ak fi nou yo, ke nou te kite dèyè yo; yo va tonbe pa nepe.
EZE 24:22 Nou va fè jan mwen te fè a. Nou p ap kouvri bouch nou, ni nou p ap manje pen fè dèy a.
EZE 24:23 Tiban nou va sou tèt nou e soulye nou nan pye nou. Nou p ap fè dèy, ni nou p ap kriye; men nou va plenyen nan inikite nou yo e nou va plenyen youn bay lòt.
EZE 24:24 Konsa, Ézéchiel va vin yon sign pou nou, selon tout sa ke li menm te fè, nou va fè yo. Lè sa rive, alò nou va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.’”’”
EZE 24:25 “Pou ou menm, fis a lòm, èske sa p ap nan jou a, lè M ap retire fòs yo nan men yo, lajwa fyète yo, dezi a zye yo e plezi a kè yo, fis ak fi pa yo,
EZE 24:26 pou nan jou sila a, sila ki chape a va vin kote ou ak enfòmasyon pou zòrèy ou?
EZE 24:27 Nan jou sa a, bouch ou va vin louvri a sila ki te chape a, ou va pale, e ou p ap bèbè ankò. Konsa, ou va vin yon sign pou yo, e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
EZE 25:1 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
EZE 25:2 Fis a lòm, mete figi ou vè fis a Ammon yo e pwofetize kont yo,
EZE 25:3 Di a fis a Ammon yo: ‘Tande pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te di: ‘Ha ha!’ kont sanktyè Mwen an lè li te vin pwofane a, kont peyi Israël lè l te vin dezole nèt la, e kont lakay Juda lè l te antre an egzil la,
EZE 25:4 pou sa, gade byen, Mwen va bay ou menm a fis lès yo pou yo genyen ou nèt. Yo va mete kan yo pami ou e fè anplasman yo pami ou. Y ap manje fwi ou yo e bwè lèt ou yo.
EZE 25:5 Mwen va fè Rabba vin yon patiraj pou chamo e fis a Ammon yo vin yon kote pou fè pak pou bann mouton. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
EZE 25:6 Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël,
EZE 25:7 pou sa, gade byen, Mwen te lonje men M kont nou e Mwen va bay nou kon piyaj a nasyon yo. Epi Mwen va koupe retire nou nèt de pèp yo, e fè nou peri soti nan peyi yo. Mwen va detwi nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
EZE 25:8 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Moab ak Séir di: ‘Gade byen, lakay Juda a tankou tout nasyon yo,’
EZE 25:9 pou sa, gade byen, Mwen prive vil li yo de pòsyon bò kote yo, vil ki sou fwontyè li yo, ki se glwa a tout peyi a; Beth-Jeschimoth Baal-Meon, ak Kirjathaïm,
EZE 25:10 epi Mwen va bay li kon posesyon ansanm avèk fis a Ammon yo bay fis a lès yo, pou fis a Ammon pa vin sonje menm pami nasyon yo.
EZE 25:11 Konsa, Mwen va egzekite jijman sou Moab, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
EZE 25:12 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Édom te aji kont lakay Juda lè l te pran vanjans, e te vin koupab anpil nan vanje tèt yo sou yo,”
EZE 25:13 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va osi lonje men M kont Édom e koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. Mwen va fè dega ladann nèt. Soti nan Théman, jis rive nan Dedan, yo va tonbe pa nepe.
EZE 25:14 Mwen va poze vanjans Mwen sou Édom pa men a pèp Mwen an, Israël. Pou sa, yo va aji nan Édom selon mekontantman Mwen e selon chalè kòlè Mwen. Konsa, yo va vin konnen vanjans Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 25:15 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Filisten yo te aji ak vanjans e te pran vanjans yo avèk tout mepriz a nanm pou detwi ak yon rayisman etènèl,”
EZE 25:16 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va lonje men M kont Filisten yo, menm koupe retire Keretyen yo nèt, e detwi retay ki bò kot lanmè a.
EZE 25:17 Mwen va egzekite gwo vanjans sou yo ak repwòch ki plen ak chalè kòlè Mwen. Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen poze vanjans Mwen sou yo a.”’”
EZE 26:1 Alò, nan onzyèm ane, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 26:2 “Fis a lòm, akoz Tyr te di konsènan Jérusalem: ‘Ha ha! Gade byen, pòtay a pèp yo fin kraze; koulye a l ap remèt nan men m. Mwen va vin ranpli koulye a akoz li devaste nèt;’
EZE 26:3 akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen vin kont ou, O Tyr, e Mwen va mennen fè monte anpil nasyon kont ou, tankou lanmè mennen lanm li.
EZE 26:4 Yo va detwi miray a Tyr e demoli tou wo li yo. Anplis, Mwen va grate retire ranblè li yo, e fè l vin yon wòch vid.
EZE 26:5 Li va vin yon kote pou ouvri filè nan mitan lanmè a, paske Mwen te pale,’ deklare Senyè BONDYE a. ‘Konsa, li va vin piyaj pou nasyon yo.
EZE 26:6 Anplis, fi li yo ki lòtbò pi gwo tèren an va vin touye pa nepe e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’
EZE 26:7 “Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va mennen sou Tyr soti nan nò Nebucadnetsar, wa Babylone nan, wadèwa a, ak cheval, cha, kavalye ak yon gwo lame.
EZE 26:8 Li va touye fi ou yo sou gwo chan an ak nepe. Li va fè miray syèj kont ou, fè monte yon ran kont ou e fè monte yon gwo boukliye kont ou.
EZE 26:9 Ak gwo mòso bwa fèt pou kraze a, ke l ap dirije kont miray ou yo, e ak rach li yo li va demoli tou wo ou yo.
EZE 26:10 Akoz gwo fòs kantite cheval li yo, pousyè leve la yo va kouvri ou. Miray ou yo va souke ak bri kavalye, ak charyo ak cha yo lè l ap antre nan pòtay ou yo tankou lè moun ap antre nan yon vil lè yo fin fè brèch ladann.
EZE 26:11 Ak zago cheval li yo, li va foule tout lari ou yo nèt. Li va touye moun ou yo ak nepe. Gwo pilye lafòs ou yo va tonbe atè.
EZE 26:12 Anplis, yo va fè piyaj a tout richès ak machandiz ou yo. Yo va kraze mi ou yo, detwi bèl kay ou yo, e jete wòch ak, poto bwa yo ak tout ranblè ou yo nan dlo.
EZE 26:13 Konsa, Mwen va fè son a chante ou yo vin sispann, e son ap ou yo p ap tande ankò.
EZE 26:14 Mwen va fè ou yon wòch vid. Ou va sèvi kon yon kote pou ouvri filè. Ou p ap bati ankò, paske Mwen, SENYÈ a te pale’, deklare Senyè BONDYE a.
EZE 26:15 “Konsa pale Senyè BONDYE a a Tyr: ‘Èske peyi kot lanmè yo pa ta souke menm nan son chit ou a lè sila ki blese yo plenn nan gòj yo, lè masak fèt nan mitan nou?
EZE 26:16 Nan lè sa a, tout prens lanmè yo va desann soti nan twòn yo retire wòb yo, e menm retire bèl vètman bwodri yo. Yo va abiye tèt yo ak men yo k ap tranble; yo va chita atè, ap tranble tout tan e vin efreye akoz de ou.
EZE 26:17 Yo va leve yon lamantasyon sou ou e di ou: “Gade kijan ou vin peri, O sila ki te plen moun nan, Soti sou lanmè yo, O gwo vil byen renome ki te pwisan sou lanmè, li menm ak tout moun ki te rete ladann yo, ki te enpoze gwo laperèz li sou tout abitan li yo!”
EZE 26:18 Koulye a, peyi bò lanmè yo va tranble nan jou chit ou a. Wi, peyi kot ki bò lanmè yo va vin etone jiskaske yo tranble akoz ou vin disparèt.’
EZE 26:19 “Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè Mwen fè ou vin yon vil dezole, kon vil ki pa gen moun yo, lè Mwen mennen pwofondè a sou ou pou gwo dlo vin kouvri ou,
EZE 26:20 konsa, Mwen va fè ou desann ak sila ki desann nan twou fòs la, al jwenn pèp ansyen yo. Mwen va fè ou rete nan pati ki piba sou tè a, tankou ansyen kote dezole yo, ak sila ki desann nan twou fòs la, pou ou pa menm gen moun ki abite nan ou. Men Mwen va mete laglwa nan peyi a vivan yo.
EZE 26:21 Mwen va mennen gwo laperèz sou ou e ou p ap egziste ankò. Malgre y ap chache ou, yo p ap janm jwenn ou ankò’, deklare Senyè BONDYE a.”
EZE 27:1 Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
EZE 27:2 “Ou menm, fis a lòm, leve yon lamantasyon sou Tyr.
EZE 27:3 Di a Tyr, ‘Ou ki rete nan antre lanmè a, komèsan a pèp anpil peyi bò kot lanmè yo, Konsa pale Senyè BONDYE a: “O Tyr, ou te di ‘Mwen pafè nan bèlte.’
EZE 27:4 Lizyè ou nan kè lanmè yo. Sila ki te bati ou yo te fè bèlte ou pafè.
EZE 27:5 Yo te fè tout planch ou yo ak pye siprè Senir yo. Yo te chache pye sèd Liban yo pou fè ma pou ou.
EZE 27:6 Ak chèn a Basan, yo te fè zaviwon ou yo. Ak ban ivwa, yo te koupe fè tras sou bwa siprè ki te fèt ak pye sèd ki te mennen sòti jis rive Kittim.
EZE 27:7 Vwal ou te fèt ak len fen ki te sòti an Égypte, ki te sèvi kon mak drapo ou. Anba pwotèj solay byen kolore an ble e mov, ki te sòti nan peyi kòt Élischa yo,
EZE 27:8 mesye Sidon yo ak Arvad t ap bourade zaviwon ou yo. Mesye saj ou yo, O Tyr, te nan ou. Se yo ki te pilòt yo.
EZE 27:9 Ansyen a Guebal yo ak mesye saj li yo te avèk nou, pou repare kote ki ouvri yo. Tout bato lanmè yo ak mèt bato yo te la pou okipe machandiz ou yo.
EZE 27:10 “‘“Perse, Lud, ak Puth te nan lame ou, mesye lagè ou yo. Yo te pann boukliye ak kas nan ou. Yo te fè grandè ou parèt byen bèl.
EZE 27:11 Fis a Avad yo ak lame ou a te sou miray ou yo, e gèrye yo te pann boukliye yo sou miray ou yo toupatou. Yo te vin pèfeksyone bèlte ou a.
EZE 27:12 “‘“Tarsis te kliyan ou, akoz abondans tout kalite richès ou yo. Avèk ajan, fè, fè blan, ak plon, yo te achte machandiz ou yo.
EZE 27:13 “‘“Javan, Tubal, ak Méschec te fè komès ak ou. Ak lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te achte machandiz ou yo.”
EZE 27:14 “‘“Sila nan Beth-Togarma yo te bay cheval ak cheval lagè ak milèt pou byen ou yo.”
EZE 27:15 “‘“Fis a Dedan yo te fè trafik avèk ou. Anpil peyi kot lanmè yo te vin fè mache ou. Kòn ivwa ak ebèn te pote pou fè twòk.
EZE 27:16 “‘“Syrie te fè trafik avèk ou akoz abondans byen ou yo. Yo te peye pou bagay ou yo ak pyè presye, tenti mov, zèv bwodri, len fen, koray ak pyè woubi.”
EZE 27:17 “‘“Juda ak peyi Israël te fè komès ak ou. Ak ble ki sòti Minnith, gato, siwo myèl, lwil ak bom, yo te peye pou machandiz ou.”
EZE 27:18 “‘“Damas te kliyan ou akoz gwo kantite byen ou yo, akoz gwo kantite a tout kalite richès ou yo, akoz diven Helbon an ak len blan an.”
EZE 27:19 “‘“Vendan ak Javan te peye pou bagay ki sòti Uzal yo. Fè fòje, kasya, ak kann dous te pami machandiz ou yo.”
EZE 27:20 “‘“Dedan te fè komès ak ou nan sèl pou monte cheval.”
EZE 27:21 “‘“Arabie ak tout prens a Kédar yo, te kliyan ou pou jenn mouton, belye ak kabrit yo. Nan tout sa yo, yo te kliyan ou.”
EZE 27:22 “‘“Vandè a Séba ak Raema yo te fè trafik ak ou. Yo te peye pou byen ou yo ak pi bon nan tout kalite epis, e ak tout bijou presye ak lò.”
EZE 27:23 “‘“Charan, Canné, ak Éden, machann a Séba, Assyrie, ak Kilmad yo te fè komès ak ou.”
EZE 27:24 Yo te fè komès ak ou nan bèl abiman, nan vètman an ble ak bwodri fen, nan tapi a tout koulè, ak kòd trese byen sere, ki te pami machandiz ou yo.
EZE 27:25 “‘“Bato a Tarsis yo te transpòte machandiz ou yo. Epi ou te vin ranpli, te tèlman vin bèl nan kè lanmè yo.
EZE 27:26 Mèt zaviwon yo te mennen ou nan gwo dlo. Van lès la te vin kraze ou nan kè lanmè yo.
EZE 27:27 Richès ou yo, byen ou yo, machandiz ou yo, maren ak pilòt ou yo, Gwo bòs pou ranje bato yo, vandè ki fè komès machandiz, Ak tout mesye lagè ki nan ou yo, ak tout twoup ki pami ou a, va tonbe antre nan kè lanmè yo nan jou boulvèsman ou an.
EZE 27:28 Nan son kri a pilòt ou yo, tè patiraj yo va souke.
EZE 27:29 Tout moun ki konn manyen zaviwon, mesye maren ak tout pilòt lanmè yo va desann kite bato yo. Yo va kanpe atè,
EZE 27:30 epi yo va fè vwa yo vin tande sou ou, e yo va kriye anmè. Yo va jete pousyè sou tèt yo. Yo va vire tounen nan mitan sann yo.
EZE 27:31 Anplis, yo va fè tèt yo vin chòv pou ou, e mare senti yo ak twal sak. Yo va kriye pou ou nan amètim nanm yo, ak yon plenyen byen anmè.
EZE 27:32 Anplis, nan gwo kri yo fè, yo va fè leve yon lamantasyon pou ou, e menm kriye pou ou: ‘Se kilès ki tankou Tyr, tankou sila ki rete an silans nan mitan lanmè a?’
EZE 27:33 Lè tout byen ou yo te sòti toupatou sou lanmè yo, ou te fè kè anpil pèp kontan. Ak fòs kantite richès ak machandiz ou yo, ou te fè wa latè yo vin rich.
EZE 27:34 Alò, nan moman an, lè ou vin kraze nèt pa lanmè yo, nan fon dlo yo, machandiz ou ak tout twoup ou yo te tonbe pami ou.
EZE 27:35 Tout sila ki rete nan peyi kot lanmè yo te vin efreye de ou, e wa yo vin plen ak gwo laperèz. Vizaj yo vin twouble.
EZE 27:36 Komèsan pami pèp yo vin sifle anlè kon koulèv sou ou. Lafèn ou te vreman etonan, e ou p ap la ankò, jis pou tout tan.”’”
EZE 28:1 Pawòl SENYÈ a te vin kote M ankò e te di:
EZE 28:2 “Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Akoz kè ou vin leve, e ou te di: ‘Mwen se yon dye, Mwen chita sou chèz Bondye, nan kè lanmè yo’; malgre, ou se yon nonm e ou pa yon dye; sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—
EZE 28:3 gade byen, ou pi saj ke Daniel. Nanpwen sekrè ki twò difisil pou ou.
EZE 28:4 Ak sajès ou ak bon konprann ou, ou te vin genyen richès pou tèt ou, e ou te vin gen lò ak ajan pou kès trezò ou yo.
EZE 28:5 Ak gwo sajès ou, ak komès ou, ou te vin ogmante richès ou e kè ou vin leve akoz richès ou yo—”
EZE 28:6 “‘Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te fè kè ou tankou kè Bondye,
EZE 28:7 akoz sa, gade byen, Mwen va mennen etranje yo sou ou, sila ki pi sovaj pami nasyon yo. Konsa, yo va rale nepe yo kont bèlte a sajès ou, e yo va souye gwo bèlte ou a.
EZE 28:8 Yo va mennen ou desann nan twou fòs la, e ou va mouri lanmò a sila ki touye nan kè lanmè yo.
EZE 28:9 Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’, nan prezans a sila ki te touye ou a? Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye, nan men a sila ki blese ou yo.
EZE 28:10 Ou va mouri lanmò a ensikonsi yo, nan men etranje yo, paske Mwen te pale,” deklare Senyè BONDYE a!’”
EZE 28:11 Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 28:12 “Fis a lòm, reprann lamantasyon sou wa Tyr la e di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Ou te genyen so pèfeksyon an, plen sajès e pafè an bèlte.
EZE 28:13 Ou te nan Éden, jaden Bondye a. Tout pyè presye yo te sèvi pou kouvri ou: Ribi, topaz, dyaman; krizolit, oniks, ak jasp, Safi, malachi, emwòd, epi lò. Baz kalite travay pou tout prezantasyon te nan ou. Nan jou ou te kreye a, yo te prepare.
EZE 28:14 Ou te cheriben onksyone ki kouvri a e Mwen te plase ou la. Ou te sou mòn sen Bondye a. Ou te mache nan mitan a pyè dife yo.
EZE 28:15 Ou te san fot nan tout chemen ou yo depi jou ou te kreye a, jis rive nan lè inikite te vin twouve nan ou a.
EZE 28:16 Akoz gwo fòs kantite komès ou a, ou te vin ranpli anndan ou ak vyolans e ou te peche. Akoz sa, Mwen te jete ou kon pwofane sòti nan mòn Bondye a. Mwen te detwi ou, O cheriben ki kouvri a, soti nan mitan wòch dife a.
EZE 28:17 Kè ou te vin leve wo akoz bèlte ou. Ou te fè sajès ou vin konwonpi akoz gwo bèlte ou a. Mwen te jete ou atè. Mwen te mete ou devan wa yo pou yo wè ou.
EZE 28:18 Akoz gwo fòs kantite inikite ou yo, nan enjistis de komès ou a, ou te pwofane sanktyè ou yo. Akoz sa, Mwen te mennen dife soti nan mitan ou. Li fin manje ou nèt. Mwen te fè ou vin tounen sann sou tè a devan zye a tout moun ki wè ou yo.
EZE 28:19 Tout moun ki rekonèt ou pami pèp yo vin etone jiskaske yo vin sezi de ou. Ou te vin yon gwo etonman laperèz, e ou va sispann egziste jis pou tout tan.”’”
EZE 28:20 Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
EZE 28:21 “Fis a lòm, mete figi ou vè Sidon. Pwofetize kont li,
EZE 28:22 epi di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Sidon, e Mwen va vin glorifye nan mitan ou. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen egzekite jijman ladan l, e nan li, Mwen vin sen.
EZE 28:23 Paske Mwen va voye epidemi ak bèt pou ravaje chan l. San ap koule nan ri li yo. Sila ki blese yo va tonbe nan mitan li, e nepe va antoure l tout kote. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
EZE 28:24 “‘“P ap gen pou lakay Israël ankò rakbwa pikan ni yon grenn pikan plen doulè k ap sòti nan sila ki te moke yo. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”
EZE 28:25 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè M rasanble lakay Israël soti nan pèp kote yo gaye yo, e fè sentete Mwen vin parèt nan yo devan zye a tout nasyon yo, nan lè sa a, yo va viv nan peyi ke M te bay a sèvitè Mwen an, Jacob.
EZE 28:26 Yo va viv an sekirite ladann. Wi, yo va bati kay, plante chan rezen e viv ansekirite lè Mwen egzekite jijman sou tout sila ki moke de yo. Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a.”’”
EZE 29:1 Nan dizyèm ane, nan dizyèm mwa, nan douz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 29:2 Fis a lòm, mete figi ou kont Farawon, wa Égypte la, e pwofetize kont li ak tout Égypte.
EZE 29:3 Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons lan ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’
EZE 29:4 Mwen va mete gwo kwòk nan machwè ou e fè pwason larivyè ou yo vin kole sou kal ou yo. Konsa, Mwen va rale fè ou sòti nan mitan rivyè ou yo, ansanm ak tout pwason larivyè ou yo k ap kole sou kal ou yo.
EZE 29:5 Mwen va jete ou lwen nan dezè a, ou menm ak tout pwason rivyè ou yo. Ou va tonbe nan chan ouvri. Ou p ap rasanble ni reyini ankò. Mwen te bay ou kon manje bèt latè ak zwazo syèl yo.
EZE 29:6 “‘“Konsa, tout moun ki rete an Égypte va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Paske yo te sèlman yon gòl fèt ak wozo pou lakay Israël.
EZE 29:7 Lè yo te kenbe ou nan men yo, ou te kraze e chire tout men ak zepòl yo, Epi lè yo te apiye sou ou, ou te kraze kwis yo.”
EZE 29:8 “‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va mennen sou ou nepe a, e Mwen va koupe retire nèt de ou ni moun, ni bèt.
EZE 29:9 Peyi Égypte va devni yon dezolasyon ak yon savann dezole. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. “‘“Paske ou te di: ‘Larivyè Nil lan se pou mwen e mwen te fè l.’
EZE 29:10 Pou sa, gade byen, Mwen kont ou, e Mwen kont rivyè ou yo. Mwen va fè peyi Égypte vin yon savann dezole ak yon dezolasyon, soti Migdol jis rive Syène, menm pou rive nan lizyè Éthiopie.
EZE 29:11 Pye a moun p ap pase ladann, pye a bèt p ap pase ladann, e l ap rete san moun pandan karantan.
EZE 29:12 Konsa, Mwen va fè peyi Égypte vin yon dezolasyon nan mitan peyi ki dezole yo. Vil li yo, nan mitan a vil ki fin devaste nèt yo, yo va dezole pandan karantan. Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e lage yo toupatou pami peyi yo.”
EZE 29:13 “‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan fen karantan an, Mwen va rasanble Ejipsyen yo soti nan pèp kote yo te gaye yo.
EZE 29:14 Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb.
EZE 29:15 Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va fè yo tèlman vin piti ke yo p ap renye sou lòt nasyon yo.
EZE 29:16 Konsa, li p ap janm sèvi ankò kon konfyans pou lakay Israël la, pou l pa kontinyepote nan tèt yo, inikite lè yo te vire kote Égypte la. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”’”
EZE 29:17 Alò, nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 29:18 “Fis a lòm, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè lame li a travay di kont Tyr; tout tèt te vin chòv e tout epòl te fwote vin fè maleng. Men li menm ak lame li pa t reyisi salè soti nan Tyre pou travay li te fè kont li an.
EZE 29:19 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a.
EZE 29:20 Mwen te bay li peyi Égypte pou travay ke li te fè a, paske yo te aji pou Mwen,’ deklare Senyè BONDYE a.
EZE 29:21 “Nan jou sa a, Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
EZE 30:1 Pawòl SENYÈ a te vin kote m ankò e te di:
EZE 30:2 “Fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Rele ‘Anmwey! Elas pou jou a!’
EZE 30:3 Paske jou a pwòch. Menm jou SENYÈ a pwòch. Li va yon jou nwaj, yon tan fènwa pou nasyon yo.
EZE 30:4 Yon nepe va rive sou Égypte e gwo doulè va rive Ethiopie, lè sila yo touye yo tonbe an Égypte. Yo va retire tout richès li yo e fondasyon li yo va fin demoli nèt.
EZE 30:5 “‘“Ethiopie, Puth, Lud, tout Arabie, Cub, ak tout moun peyi ki nan gwoup alyans yo va tonbe ak yo pa nepe.”
EZE 30:6 “‘Konsa pale SENYÈ a: “Anverite, sila ki sipòte Égypte yo va tonbe. Ògèy a pouvwa li a va tonbe. Soti nan Migdol jis rive Syène, yo va tonbe pa nepe,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 30:7 Yo va vin dezole nan mitan peyi ki dezole yo. Konsa, vil li yo va nan mitan vil k ap devaste yo.
EZE 30:8 Yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M limen dife an Égypte la, e tout sila ki te ede l yo vin kraze nèt.
EZE 30:9 “‘“Nan jou sa a, mesaje yo va ale soti devan Mwen sou bato pou entimide Ethiopie akoz lenpridans. Gwo doulè va vin sou yo menm jan ak jou Égypte la; paske gade byen, l ap vini!”
EZE 30:10 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Anplis Mwen va fè gwo foul lame Égypte la vin sispann pa men Nebucadnetsar, wa Babylone nan.
EZE 30:11 Li menm ak pèp li a avè l, pi mechan pami nasyon yo va antre pou detwi peyi a. Yo va rale nepe yo kont Égypte, e plen peyi a ak mò yo.
EZE 30:12 Anplis, Mwen va seche kanal larivyè Nil yo, e vann peyi a pou antre nan men moun mechan yo. Mwen va fè peyi a vin dezole ak tout sa ki ladann pa men etranje yo. Mwen, SENYÈ a, fin pale.”
EZE 30:13 “‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Anplis, Mwen va detwi zidòl yo, e fè imaj yo sispann nan Noph. P ap gen prens ankò nan peyi Égypte. Mwen va mete laperèz nan peyi Égypte.
EZE 30:14 Mwen va fè Pathros vin dezole, mete dife nan Tsoan, e egzekite jijman sou Nò.
EZE 30:15 Mwen va vide chalè kòlè Mwen sou Sin, sitadèl a Égypte la. Anplis, Mwen va koupe retire nèt gwo foul Nò yo.
EZE 30:16 Mwen va mete dife an Égypte. Sin va vin tòde ak gwo doulè. No va kraze an mòso, separe. Noph va gen brèch nèt ak gwo twoub chak jou.
EZE 30:17 Jenn mesye a On ak Pi Béseth yo va tonbe pa nepe. Y ap antre an kaptivite.
EZE 30:18 Nan Tachpanès, jounen an va vin fènwa, lè M kraze jouk an fè Égypte la. Nan lè sa a, ògèy pouvwa li va sispann nan li. Yon nwaj va kouvri li, e fi li yo va antre an kaptivite.
EZE 30:19 Konsa Mwen va egzekite jijman sou Égypte. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
EZE 30:20 Nan onzyèm ane, nan premye mwa, nan setyèm jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 30:21 “Fis a lòm, Mwen te kase bra Farawon an, wa Égypte la. Gade byen, li pa t vlope ak pansman pou l ta geri, ni ak bandaj pou l ta ka vin gen fòs pou kenbe nepe.
EZE 30:22 Konsa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen kont Farawon, wa Égypte la, e Mwen va kase bra li, ni sa ki gen fòs la ni sa ki kase deja a. Epi Mwen va fè nepe a tonbe kite men li.
EZE 30:23 Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo e dispèse yo pami peyi yo.
EZE 30:24 Paske Mwen va ranfòse men a wa Babylone nan, e mete nepe Mwen nan men l. Men Mwen va kase bra a Farawon, pou li ka vin plenyen nan gòj devan wa Babylone nan, ak plent a yon nonm ki blese jis a lamò.
EZE 30:25 Konsa, Mwen va ranfòse bra a wa Babylone nan, men bra a Farawon yo va tonbe. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M mete nepe M nan men a wa Babylone nan, e lè li lonje li kont peyi Égypte la.
EZE 30:26 Lè Mwen gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e dispèse yo pami peyi yo, alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
EZE 31:1 Nan onzyèm ane, nan twazyèm mwa, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 31:2 “Fis a lòm, pale a Farawon, wa Égypte la, ak gwo foul lame li yo: ‘Ak kilès ou sanble nan grandè ou?
EZE 31:3 Gade byen, Assyrie te yon pye sèd nan Liban. Branch li yo te bèl nan lonbraj forè a, e byen wo. Tèt li te rive pami nwaj yo.
EZE 31:4 Dlo te fè l grandi, pwofondè te fè li wo. Ak rivyè li yo, li te tout tan ap vin elaji lizyè li toupatou. Li te voye kanal li yo nan tout pyebwa chan yo.
EZE 31:5 Akoz sa, wotè li te piwo ke tout pyebwa chan yo, e branch li yo te vin anpil e byen long akoz anpil dlo ki te fè l gaye yo.
EZE 31:6 Tout zwazo syèl yo te fè nich nan branch li yo. Anba branch sila yo, tout bèt chan yo te vin fè pitit. Tout gran nasyon yo te vin rete anba lonbraj li.
EZE 31:7 Konsa, li te bèl nan grandè li, nan longè branch li yo; paske rasin li te lonje rive kote anpil dlo.
EZE 31:8 Pye sèd nan jaden Bondye yo pa t ka egal ak li. Pye sipre yo pa t ka gen branch tankou l, ni pa t gen lòt bwa ki konpare ak branch li yo. Menm bwa pen an pa t gen branch kon li. Pa t gen pyebwa nan jaden Bondye yo ki ta ka parèy li nan bèlte.
EZE 31:9 Mwen te fè l bèl ak fòs kantite branch li yo, e tout pyebwa Éden yo te jalou devan l.’
EZE 31:10 “Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz li byenwo nan wotè l, te mete tèt li rive pami nwaj yo, e kè l te awogan nan wotè li,
EZE 31:11 pou sa, Mwen va livre li nan men a pi pwisan a nasyon yo. Li va regle sa nèt. Selon mechanste li, konsa Mwen te chase li.
EZE 31:12 Etranje yo, pi pwisan a nasyon yo, te koupe li a tè e te kite li. Sou mòn yo e nan tout vale yo, branch li yo te vin tonbe, e gwo branch li yo te vin kase nan tout ravin peyi yo. Konsa, tout pèp sou latè yo te desann kite lonbraj li e te menm kite li.
EZE 31:13 Nan gwo dega li yo, tout zwazo syèl yo va vin demere e tout bèt chan yo va sou branch pa l ki tonbe,
EZE 31:14 pou tout pyebwa akote dlo yo pa ka vin leve tèt yo wo nan wotè yo. Pwisan pa yo p ap mete tèt yo pami nwaj yo, menm sa yo akote sous dlo yo pa ka kanpe dwat nan wotè yo. Paske yo tout te livre a lanmò, pou rive anba tè pami fis a lòm yo, ak sila ki desann nan twou fòs yo.’
EZE 31:15 “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Nan jou ke li te desann nan sejou mò yo, Mwen te koze lamantasyon. Mwen te fèmen pwofondè a sou li epi te bouche rivyè li yo. Epi anpil dlo li yo Mwen te vin bouche nèt. Mwen te fè Liban kriye ak gwo doulè pou li e tout pyebwa nan chan yo te vin fennen akoz li.
EZE 31:16 Mwen te fè tout nasyon yo tranble nan son a chit li a, lè M t ap fè l desann nan sejou mò yo ak sila ki desann nan twou fòs yo. Tout pyebwa byen wouze Liban yo, pi byen chwazi ak pi meyè a Liban yo, te vin rekonfòte anba tè.
EZE 31:17 Yo menm tou te desann avè l nan sejou mò yo akote sila ki te touye pa nepe yo. Epi sila ki te fòs li yo, te rete anba lonbraj li pami nasyon yo.
EZE 31:18 “‘A kilès nan pyebwa Éden yo ou egal konsa nan glwa ak grandè? Malgre sa, ou va vin desann ak pyebwa Éden yo jis rive anba tè. Ou va vin kouche nan mitan ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo. “‘Se konsa Farawon va ye ak tout gwo foul lame li yo!” deklare Senyè BONDYE a.”
EZE 32:1 Nan douzyèm ane, nan douzyèm mwa, nan premye nan mwa a, “pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 32:2 ‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li: “Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo; sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a. Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo. Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo, e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”
EZE 32:3 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Koulye a, Mwen va ouvri filè Mwen sou ou avèk konpanyen a anpil moun, e nan filè Mwen an, yo va fè ou leve.
EZE 32:4 Mwen va kite ou sou latè. Mwen va jete ou sou chan ouvri, epi Mwen va fè tout zwazo syèl yo poze sou ou. Mwen va fè tout bèt sou latè yo vin satisfè sou ou.
EZE 32:5 Mwen va lage chè ou sou mòn yo, e Mwen va plen vale yo ak kadav ou yo.
EZE 32:6 Anplis, Mwen va fè tè a bwè san ou. L ap rive jis nan mòn yo. Kous dlo yo va vin plen ak ou.
EZE 32:7 Konsa, lè M etenn ou, Mwen va kouvri syèl yo e fè zetwal yo fènwa. Mwen va kouvri solèy la ak yon nwaj, e lalin nan p ap bay limyè.
EZE 32:8 Tout limyè k ap briye nan syèl la, Mwen va fè yo vin nwa sou ou, e va mete fènwa sou peyi ou a,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 32:9 “Anplis, Mwen va twouble kè a anpil nasyon, lè Mwen mennen destriksyon ou pami nasyon yo, jis rive nan peyi ke ou pa t janm konnen.
EZE 32:10 Mwen va fè anpil pèp vin etone sezi de ou, e wa yo va tèlman gen gwo laperèz pou ou, lè M fè nepe M parèt devan yo akoz ou menm. Yo va tranble tout tan, chak moun pou pwòp lavi li, nan jou ke ou tonbe a.”
EZE 32:11 Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nepe a wa Babylone nan va vini sou ou.
EZE 32:12 Pa nepe a pwisan yo, Mwen va fè gwo foul lame ou yo tonbe. Yo tout se chèf sovaj pami nasyon yo. Yo va devaste ògèy Égypte la, e tout gwo foul lame li yo va detwi.
EZE 32:13 Anplis, Mwen va detwi tout bèt ki rete bò kote anpil dlo li yo. Pye moun p ap gaye labou ankò, ni zago a bèt p ap gaye labou ankò.
EZE 32:14 Konsa, Mwen va fè dlo yo vin kalm e fè rivyè yo vin kouri kon lwil,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 32:15 “Lè Mwen fè peyi Égypte vin yon dezolasyon, e peyi a vin pèdi tout sa ki te fè l plen yo, lè M frape tout sila ki rete ladann yo, alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
EZE 32:16 “‘“Sa se yon lamantasyon. Ak li menm, y ap fè dèy. Fi a nasyon yo va chante li. Sou Égypte ak sou tout gwo foul lame li yo, yo va chante li”, deklare Senyè BONDYE a.’”
EZE 32:17 Nan douzyèm ane, nan kenz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 32:18 “Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul a Égypte yo. Desann yo menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, ansanm avèk sila ki desann nan twou fòs yo.
EZE 32:19 ‘Se ki moun ou depase nan bèlte? Desann, fè kabann ou ak ensikonsi yo.’
EZE 32:20 Yo va tonbe nan mitan sila ki touye pa nepe yo. Fi a vin livre pou nepe a. Fè l rale soti ak tout gwo foul li yo.
EZE 32:21 Pi gran pami pwisan yo va pale ak li nan mitan sejou mò yo ansanm ak sila ki t ap ede li yo. ‘Yo fin desann, yo kouche san fè mouvman, ensikonsi yo, touye pa nepe yo.’
EZE 32:22 “Assyrie, li la, ak tout konpanyen li yo. Tonbo li yo antoure li. Yo tout touye, tonbe pa nepe,
EZE 32:23 tonbo a sila ki plase nan pati pi izole twou fòs la. Epi konpanyen li yo antoure tonbo li. Yo tout te touye, tonbe akoz nepe a; tout sila ki te fè gwo laperèz gaye nan peyi moun vivan yo.
EZE 32:24 “Élam la ak tout gwo foul li yo ki antoure tonbo li a. Yo tout mouri, tonbe pa nepe, e te desann ensikonsi nan pati piba latè yo; sila ki te kreye gwo laperèz nan tout peyi moun vivan yo, e te pote wont yo, ansanm avèk sila ki te desann nan twou fòs yo.
EZE 32:25 Yo fè kabann Elam nan pami sila ki touye ak tout gwo foul li yo. Tonbo yo antoure li. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo, e konsa,yo te pote wont yo avèk sila ki desann nan twou fòs yo. Yo rive nan mitan sila ki te touye yo.
EZE 32:26 “Méschec Tubal, ak tout gwo foul yo la. Tonbo yo antoure yo. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo.
EZE 32:27 Ni yo p ap kouche akote chèf pwisan a ensikonsi yo, sila ki te desann nan sejou mò yo ak zam lagè yo, ak nepe yo byen plase anba tèt yo. Men inikite yo te rete menm sou zo yo; sepandan, se pi pwisan yo te teworize nan peyi moun vivan yo.
EZE 32:28 “Men nan mitan ensikonsi a, ou va vin kraze, e kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo.
EZE 32:29 “La tou, gen Édom, wa li ak tout prens li yo, ki malgre tout pwisans yo, vin kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo. Yo va kouche avèk ensikonsi yo e avèk sila ki desann nan twou fòs yo.
EZE 32:30 “La tou, gen chèf nan nò yo, yo tout ak tout Sidonyen yo. Malgre tout gwo laperèz yo te kreye akoz pwisans yo, nan wont, yo te desann avèk sila ki te touye yo. Konsa, yo te kouche ensikonsi avèk sila ki te touye pa nepe yo, e te pote gwo wont yo avèk lòt yo ki desann nan twou fòs yo.
EZE 32:31 “Sa yo, Farawon va wè e li va twouve konsolasyon pou tout gwo foul li yo ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout lame li a,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 32:32 Sepandan, Mwen te mete gwo laperèz li nan peyi moun vivan yo. Malgre sa, li va kouche ak ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout gwo lame li yo”, deklare Senyè BONDYE a.
EZE 33:1 Konsa, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
EZE 33:2 “Fis a lòm, pale a fis a pèp ou yo pou di yo: ‘Si Mwen mennen nepe sou yon peyi, e pèp peyi a pran yon nonm soti pami yo pou fè li gadyen yo,
EZE 33:3 epi lè li wè nepe a ap vini sou peyi a, li soufle sou twonpèt pou avèti moun yo,
EZE 33:4 men sila ki tande son twonpèt la pa okipe l, e nepe a rive pran l, mennen l ale, san li ap tonbe sou pwòp tèt li.
EZE 33:5 Li te tande son twonpèt la men li pa t okipe l. San li va sou tèt li. Men si li te okipe sa a, li t ap sove lavi li.
EZE 33:6 Men si gadyen an wè nepe a ap vini, e li pa sonnen twonpèt la, moun yo pa avèti, e nepe a rive retire nenpòt moun pami yo, moun nan soti nan inikite li. Men san li, Mwen va egzije sa a nan men gadyen an.’
EZE 33:7 “Alò, pou ou menm, fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Konsa, ou va tande yon mesaj soti nan bouch Mwen pou avèti yo pou Mwen.
EZE 33:8 Lè M di a mechan an: ‘O nonm mechan anverite ou va mouri’, men ou pa pale pou avèti e detounen mechan an pou l ka kite chemen mechan li an, nonm mechan sa a va mouri nan inikite li, men san li, Mwen va egzije sa nan men ou.
EZE 33:9 Men si ou, bò kote pa ou, ou avèti yon nonm mechan pou vire kite chemen li, e li pa vire kite chemen li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre lavi ou.
EZE 33:10 “Alò, pou ou, fis a lòm, pale ak lakay Israël: ‘Pale konsa e di: “Anverite, transgresyon nou yo ak peche nou yo, sou nou, e nou ap pouri ladan yo. Donk kòman nou ka viv?”’
EZE 33:11 Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’
EZE 33:12 “Epi ou menm, fis a lòm, di a sitwayen parèy ou yo: ‘Ladwati a yon nonm dwat p ap ka delivre li nan jou transgresyon li. E mechanste a mechan an, li p ap tonbe akoz li, si li vire kite mechanste a. Ni yon nonm dwati p ap ka viv sou ladwati li nan jou ke li vin fè peche a.’
EZE 33:13 Lè Mwen di a nonm dwat la ke, anverite, li va viv la, e li tèlman kwè nan ladwati li pou li komèt inikite, okenn nan zèv dwat li yo p ap vin sonje; men nan menm inikite sa ke li te fè a, li va mouri.
EZE 33:14 Men lè Mwen di a mechan an: “Anverite, ou va mouri,” e li vire kite peche li, pou vin pratike lajistis ak ladwati,
EZE 33:15 si yon nonm mechan vin remèt sa li te pwomèt pou bay, remèt sa li te pran nan vòlè, mache nan règleman ki bay lavi san ke li pa komèt inikite, li va anverite viv. Li p ap mouri.
EZE 33:16 Okenn nan peche ke li te komèt yo p ap vin sonje kont li. Li pratike lajistis ak ladwati. Anverite, li va viv.
EZE 33:17 “‘Malgre sa, sitwayen parèy ou yo di: “Chemen Senyè a pa dwat,” men se pwòp chemen pa yo ki pa dwat la.
EZE 33:18 Lè moun ladwati a kite ladwati pou komèt inikite, alò, li va mouri ladann.
EZE 33:19 Men lè mechan an vire kite mechanste li an pou vin pratike lajistis ak ladwati, li va viv ladan yo.
EZE 33:20 Men nou di: “Chemen SENYÈ a pa jis”. O lakay Israël, Mwen va jije nou chak selon chemen nou.’”
EZE 33:21 Alò, nan douzyèm ane egzil nou an, nan senkyèm jou nan dizyèm mwa a, yon moun ki te chape Jérusalem te vin kote mwen. Li te di: “Yo fin pran vil la.”
EZE 33:22 Alò, men SENYÈ a te sou mwen pandan nwit lan avan moun chape a te vin parèt la. Epi konsa, Li te louvri bouch mwen avan lè li te vin kote mwen nan maten an. Donk, bouch mwen te louvri e mwen pa t ankò bèbè.
EZE 33:23 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 33:24 “Fis a lòm, sila kirete kote dezole sa yo nan peyi Israël ap di: ‘Abraham se te yon sèl, malgre sa, li te posede tè a. Men nou menm anpil. Peyi a te bay a nou.’
EZE 33:25 Pou sa, pale yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nou manje vyann ak san ladann; nou leve zye nou vè zidòl yo pandan n ap vèse san. Èske konsa, nou ta dwe vin posede peyi a?
EZE 33:26 Nou mete konfyans nou nan nepe nou, nou komèt zak abominab, e nou tout souye madanm a vwazen nou. Èske konsa, nou ta dwe posede peyi a?”’
EZE 33:27 “Konsa ou va pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan Mwen viv la, anverite, sila ki nan savann yo va tonbe pa nepe. Nenpòt moun ki nan chan ouvri a, Mwen va bay li a bèt sovaj pou devore li, e sila ki nan sitadèl ak nan kav yo, yo va mouri akoz ensèk ak gwo maladi.
EZE 33:28 Mwen va fè tè a vin dezole jis pou l etone moun. Ògèy a pouvwa li a va sispann. Mòn Israël yo va vin dezole jiskaske pèsòn p ap travèse yo.
EZE 33:29 Konsa yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fè peyi a vin yon dezolasyon ak yon dezè akoz tout zak abominab ke yo te komèt yo.”’
EZE 33:30 “Men pou ou menm, fis a lòm, sitwayen parèy ou yo ap pale de ou. Akote miray yo ak nan pòtay kay yo, y ap pale youn a lòt, yo chak a frè yo pou di: ‘Vini koulye a pou tande mesaj sila ki sòti nan SENYÈ a.’
EZE 33:31 Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benefis pa yo.
EZE 33:32 Gade byen, ou vin pou yo tankou yon chan sansyèl ki chante pa yon moun ak yon bèl vwa, byen jwe sou enstriman. Paske yo tande pawòl ou yo, men yo pa pratike yo.
EZE 33:33 “Pou sa, lè a rive—gade byen, li va rive—alò, yo va konnen ke yon pwofèt te la nan mitan yo.”
EZE 34:1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
EZE 34:2 “Fis a lòm, pwofetize kont bèje Israël yo. Pwofetize e di a bèje sila yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè, bèje Israël yo k ap nouri pwòp tèt yo! Èske bèje yo pa dwe bay manje a bann mouton an?
EZE 34:3 Nou manje grès e fè abiman ak len an. Nou kòche mouton gra a, san bay manje a bann mouton an.
EZE 34:4 Sila ki manke lasante yo, nou pa t ranfòse yo. Sa ki malad yo, nou pa t geri yo. Sa ki brize yo nou pa t panse yo. Sa ki gaye yo, nou pa t mennen yo retounen, ni nou pa t chache sa ki pèdi yo. Men ak opresyon e ak severite, nou te domine sou yo.
EZE 34:5 Yo te gaye akoz yo te manke yon bèje. Yo te devni manje pou tout bèt sovaj nan chan an, e yo te vin gaye nèt.
EZE 34:6 Bann mouton Mwen an te mache egare nan tout mòn yo, ak sou tout wo kolin yo. Bann mouton Mwen an te gaye sou tout sifas tè a, e pa t gen moun pou ale jwenn yo, ni chache yo.”
EZE 34:7 “‘Pou sa, nou menm ki bèje yo, tande pawòl SENYÈ a:
EZE 34:8 “Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “anverite, akoz bann mouton Mwen an te vin viktim, bann mouton Mwen an te menm vin manje pa tout bèt chan yo, akoz yo te manke yon bèje. Bèje Mwen yo pa t chache bann mouton Mwen an, men bèje Mwen yo te nouri pwòp tèt pa yo. Konsa, yo pa t bay manje a bann mouton Mwen an.
EZE 34:9 Akoz sa, nou menm ki bèje yo, tande pawòl SENYÈ a:”
EZE 34:10 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont bèje yo, Mwen va egzije mouton Mwen yo nan men yo, e fè yo sispann bay manje a mouton yo. Konsa bèje yo p ap bay pwòp tèt yo manje ankò, men Mwen va delivre bann mouton Mwen an soti nan bouch yo, pou yo ka pa sèvi kon manje pou yo ankò.”
EZE 34:11 “‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va chache mouton Mwen yo pou kont Mwen, e Mwen va chache jwenn yo.
EZE 34:12 Kon yon bèje konn pran swen bann mouton li nan jou ke li pami mouton ki gaye yo, konsa Mwen va pran swen mouton Mwen yo. Epi Mwen va delivre yo soti de tout peyi ke yo te gaye yo nan jou gwo nwaj ki te plen tristès la.
EZE 34:13 Mwen va mennen yo sòti pami pèp yo, rasanble yo soti nan peyi yo, e mennen yo nan pwòp peyi yo. Konsa, Mwen va bay yo manje sou mòn Israël yo, akote sous dlo yo ak tout kote ki abite nan peyi a.
EZE 34:14 Mwen va bay yo manje nan yon bon patiraj e pak kote yo manje a, va sou wotè mòn Israël yo. Nan yon bon pak yo va kouche. Yo va manje sou patiraj rich nan mòn Israël yo.
EZE 34:15 Mwen va bay manje a bann mouton pa M nan e Mwen va mennen yo nan repo,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 34:16 “Mwen va chache sila ki pèdi yo, mennen fè retounen sila ki gaye yo, panse sila ki blese yo, e ranfòse sa ki te malad. Men sila ki gra ak gwo fòs yo, Mwen va detwi yo. Mwen va bay yo manje nan jistis.”’
EZE 34:17 “Epi pou nou menm, bann mouton Mwen an, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va jije antre yon mouton ak yon lòt, antre belye ak mal kabrit.
EZE 34:18 Èske se yon bagay ki twò piti pou nou, pou nou ta manje nan bon patiraj, pou nou oblije foule anba pye nou rès patiraj nou yo? Oswa pou ou ta bwè nan dlo ki pwòp yo, pou ou oblije foule tout lòt yo ak pye nou?
EZE 34:19 Pou bann mouton Mwen yo, oblije manje sa ke ou foule ak pye, e bwè sa ke ou fè vin sal ak pye ou!’
EZE 34:20 “Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a a yo menm: ‘Gade byen, Mwen menm, Mwen va fè jijman antre mouton gra ak mouton mèg yo.
EZE 34:21 Akoz nou pouse ak bò kote e ak zepòl la, e lanse kòn sou tout sila ki fèb yo, jiskaske nou fin gaye yo a letranje,
EZE 34:22 pou sa, Mwen va delivre bann mouton Mwen an e yo p ap viktim ankò. Epi Mwen va jije antre yon mouton ak yon lòt.
EZE 34:23 Konsa, Mwen va plase sou yo yon sèl bèje, sèvitè Mwen an, David e li va bay yo manje. Li va bay yo manje li menm e li va vin bèje yo.
EZE 34:24 Epi Mwen menm, SENYÈ a, va vin Bondye yo, e sèvitè Mwen an, David, va prens pami yo. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale.
EZE 34:25 “‘Mwen va fè yon akò lapè ak yo e retire bèt sovaj sou peyi a pou yo ka viv ansekirite nan dezè a, e dòmi byen nan forè a.
EZE 34:26 Mwen va fè yo menm ak tout kote ki antoure kolin Mwen yo vin yon benediksyon. Epi Mwen va fè bèl lapli tonbe, e lapli sa a va yon lapli ki pote benediksyon.
EZE 34:27 Anplis, pyebwa nan chan yo va donnen fwi yo. Latè a va donnen pwodwi li, e yo va ansekirite nan peyi yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin kase fè jouk yo a, e delivre yo soti nan men a sila ki te fè yo esklav yo.
EZE 34:28 Yo p ap viktim a nasyon yo ankò, e bèt latè yo p ap devore yo ankò. Men yo va viv ansekirite e pèsòn p ap fè yo pè.
EZE 34:29 Mwen va etabli pou yo yon plantasyon ki plen rekonesans. Yo p ap viktim a gwo grangou ankò, ni yo p ap sipòte ensilt a nasyon yo ankò.
EZE 34:30 Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Bondye pa yo avèk yo e ke yo menm, lakay Israël la, se pèp Mwen, deklare Senyè BONDYE a.
EZE 34:31 Pou nou menm, mouton Mwen yo, mouton a patiraj pa Mwen yo, nou se lòm e Mwen se Bondye nou,’ deklare Senyè BONDYE a.”
EZE 35:1 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di:
EZE 35:2 “Fis a lòm, mete figi ou kont Mòn Séir e pwofetize kont li.
EZE 35:3 Di li: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, Mòn Séir, Mwen va lonje men M kont ou pou fè ou vin yon dezolasyon ak yon dezè.
EZE 35:4 Mwen va fè devaste vil ou yo e ou va vin Yon dezolasyon. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
EZE 35:5 “‘“Paske ou te gen rayisman san rete, e ou te livre fis Israël yo anba pouvwa nepe a nan lè malè yo, nan lè gwo pinisyon lafen an.
EZE 35:6 Akoz sa, jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Mwen va livre ou a san vèse, san vèse va swiv ou. Akoz ou pa t rayi san vèse, pou sa, san vèse va swiv ou.
EZE 35:7 Mwen va fè Mòn Séir vin yon dezè ak yon kote dezole. Mwen va dekoupe retire nèt sou li sila k ap pase antre retou ladan l.
EZE 35:8 Mwen va plen mòn li yo ak kadav li yo. Sou kolin ou yo, nan vale ou yo ak nan tout ravin ou yo, sila ki mouri pa nepe yo va tonbe.
EZE 35:9 Mwen va fè ou vin yon dezolasyon jis pou tout tan e vil ou yo p ap gen moun menm. Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
EZE 35:10 “‘“Akoz ou te di: ‘ De(2) Nasyon sila yo ak de(2) peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la,
EZE 35:11 Jan Mwen viv la”, deklare Senyè Bondye a: “Mwen va regle ou selon kòlè ou ak selon jalouzi ke ou te montre, akoz rayisman ou kont yo. Konsa, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt pami yo lè M jije ou.
EZE 35:12 Nan lè sa a, ou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te tande tout vye mo ou yo; sa ke ou te pale kont mòn Israël yo lè ou te di: ‘Yo fin dezole nèt. Yo fin livre nan men nou pou manje nèt.’
EZE 35:13 Konsa, ou te pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.”
EZE 35:14 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pandan tout tè a ap rejwi, Mwen va fè ou vin yon dezolasyon.
EZE 35:15 Jan ou te rejwi sou eritaj lakay Israël akoz li te dezole a, se konsa Mwen va fè ou menm. Ou va vin yon dezolasyon, O Mòn Séir! Ak tout Édom, yo tout ladann. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
EZE 36:1 Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize a mòn Israël yo e di: “O mòn Israël yo, tande pawòl SENYÈ a.
EZE 36:2 Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz lènmi an te pale kont nou, “Ah, ah!”, ak “Wo plas yo vin devni posesyon nou,”’
EZE 36:3 akoz sa, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Se ak bon rezon yo te fè nou dezole, e te kraze nou tout kote a, pou nou te vin yon posesyon a rès nasyon yo, epi nou te vin retire nan pawòl ak ti soufle nan zòrèy a pèp la.”
EZE 36:4 Akoz sa, O, mòn Israël yo, tande pawòl a Senyè BONDYE a. Konsa pale Senyè BONDYE a mòn yo ak kolin yo, a ravin yo ak vale yo, a vil dezole ki te vin viktim ak yon rizib pou rès nasyon ki antoure l yo,
EZE 36:5 akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Anverite nan dife a jalouzi Mwen, Mwen te pale kont tout rès nasyon yo e kont tout Édom, ki te konfiske peyi Mwen an pou yo menm tankou yon posesyon ak yon kè ki plen ak jwa e yon nanm ki plen ak mepriz, pou yo ta ka sezi chan li yo kon piyaj.”’
EZE 36:6 Akoz sa, pwofetize konsènan peyi Israël la, e di a mòn e a kolin yo, a ravin yo e a vale yo: ‘konsa pale Senyè Bondye a: “Gade byen, Mwen te pale nan jalouzi Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, akoz nou te andire ensilt a nasyon yo.”’
EZE 36:7 Akoz sa, pale Senyè Bondye a: “Mwen te sèmante, ‘Anverite, nasyon ki antoure nou yo va yo menm andire wont pa yo.’
EZE 36:8 “‘“Men nou menm, O mòn Israël yo, nou va lonje fè branch nou yo vin parèt pou pote fwi pou pèp Mwen an, Israël; paske avan anpil tan, y ap vini.
EZE 36:9 Paske gade byen, Mwen pou nou, Mwen va vire kote nou, e nou va vin kiltive e plante.
EZE 36:10 Mwen va fè moun miltipliye sou nou, tout lakay Israël la, tout moun ladann. Konsa, vil yo va abite e dezè yo va vin rebati.
EZE 36:11 Mwen va miltipliye sou nou, ni moun, ni bèt. Yo va vin ogmante e yo va bay fwi, epi Mwen va fè nou peple tèren an jan nou te ye avan an, e Mwen va trete nou pi byen ke avan. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
EZE 36:12 Wi, Mwen va fè mesye yo—pèp Mwen an, Israël— mache sou ou e posede ou, pou ou kapab vin eritaj pa yo pou yo pa janm retire pitit yo nan men yo ankò.”
EZE 36:13 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz lòt nasyon yo di nou: ‘Ou se yon pèp ki manje moun e ou te fè peyi ou pèdi pitit li yo,’
EZE 36:14 Akoz sa, ou p ap manje moun ankò e ou p ap responsab pèt pitit peyi ou yo,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 36:15 “Mwen p ap kite nou koute ensilt a nasyon yo ankò, ni nou p ap pote mepriz a nasyon yo ankò, ni ou p ap fè nasyon pa w vin chite ankò”, deklare Senyè BONDYE a.’”
EZE 36:16 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
EZE 36:17 “Fis a lòm, lè lakay Israël t ap viv nan pwòp peyi yo, yo te souye li ak chemen pa yo ak zak yo. Chemen yo devan M pa t pwòp tankou yon fanm nan lè règ li.
EZE 36:18 Akoz sa, Mwen te vide chalè kòlè Mwen sou yo pou san ke yo te vèse sou peyi a, akoz yo te souye li ak zidòl yo.
EZE 36:19 Anplis, Mwen te gaye yo pami nasyon yo, e yo te vin dispèse toupatou nan peyi yo. Selon chemen yo ak zak yo, Mwen te jije yo.
EZE 36:20 Lè yo te rive nan nasyon kote yo te ale yo, yo te pwofane non Mwen. Paske yo te di a yo menm: ‘Sila yo se pèp SENYÈ a; malgre, yo te vin sòti kite peyi Li a.’
EZE 36:21 Men Mwen te vle konsève onè a non sen Mwen an, ke lakay Israël te pwofane pami nasyon kote yo te ale yo.
EZE 36:22 “Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo.
EZE 36:23 Mwen va fè valè sentete a gwo non Mwen an ki te pwofane pami nasyon yo, ke nou te pwofane nan mitan yo. Nan lè sa a nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,” deklare Senyè BONDYE a: “lè M fè prèv sentete Mwen pami nou devan zye yo.
EZE 36:24 “‘“Paske Mwen va retire nou soti nan nasyon yo, rasanble nou soti nan tout peyi yo pou mennen nou antre nan pwòp peyi pa nou an.
EZE 36:25 Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo.
EZE 36:26 Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè.
EZE 36:27 Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo.
EZE 36:28 Nou va rete nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo. Konsa, nou va pèp Mwen, e Mwen va Bondye pa nou.
EZE 36:29 Anplis, Mwen va sove nou de tout sa ki pa pwòp nan nou. Epi Mwen va rele pou sereyal miltipliye li e mwen p ap mennen gwo grangou rive sou nou.
EZE 36:30 Mwen va miltipliye fwi sou pyebwa ak pwodwi chan an, pou nou pa resevwa mepriz a gwo grangou pami nasyon yo ankò.”
EZE 36:31 “‘“Nan lè sa a, nou va sonje chemen mechan nou yo, zak nou ki pa t bon yo, e nou va rayi tèt nou nan pwòp zye nou, akoz inikite ak abominasyon nou yo.
EZE 36:32 Se pa pou koz nou ke m ap fè sa,” deklare Senyè BONDYE a: “Ke nou byen konprann sa a. Rete wont e twouble akoz chemen nou yo, O lakay Israël!”
EZE 36:33 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke M netwaye nou soti nan tout inikite nou yo, Mwen va fè vil la vin peple ak moun e kote dezole yo vin rebati.
EZE 36:34 Tèren dezole a va kiltive olye de vin yon dezolasyon devan zye a tout moun ki pase yo.
EZE 36:35 Yo va di: ‘Tè dezole sa a te vin tankou jaden Éden. Epi dezè a, vil ranblè yo vin ranfòse e vin gen moun.’
EZE 36:36 Nan lè sa a, nasyon ki rete antoure nou yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te rebati pil mazi yo, e te plante sa ki te vin dezè a. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale e Mwen va fè sa.”
EZE 36:37 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Konsa anplis, men sa lakay Israël va mande M fè pou yo: Mwen va fè pèp pa yo a vin anpil tankou bann mouton.
EZE 36:38 Tankou bann mouton ki pou fè sakrifis, tankou bann mouton Jérusalem nan lè fèt li yo, konsa vil dezole yo va vin plen ak yon bann moun. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
EZE 37:1 Men SENYÈ a te sou mwen, Li te mennen mwen sòti pa Lespri SENYÈ a, e te depoze m nan mitan vale a. Konsa, vale a te plen ak zo.
EZE 37:2 Li te fè m pase toutotou nan yo, e gade byen, te gen anpil sou sifas vale a. Epi gade byen, yo te byen sèch.
EZE 37:3 Li te di mwen: “Fis a lòm, èske zo sila yo kapab viv?” Konsa, mwen te reponn: “O Senyè BONDYE! Ou menm ki konnen.”
EZE 37:4 Ankò li te di mwen: “Pwofetize sou zo sila yo pou di yo: ‘O zo sèch yo, tande pawòl SENYÈ a.
EZE 37:5 Konsa pale Senyè BONDYE a a zo sila yo: “Gade byen, Mwen va fè souf lavi antre nan nou pou nou kapab vin vivan.
EZE 37:6 Mwen va mete venn sou nou, kite chè vin grandi sou nou ankò, e mete souf nan nou pou nou ka vin vivan. Epi nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
EZE 37:7 Konsa, mwen te pwofetize jan mwen te kòmande a. Epi pandan mwen t ap pwofetize a, te gen yon bri e, gade byen, yon son tankou yon bagay k ap souke. Konsa, zo yo te vin rive ansanm, zo ak zo parèy yo.
EZE 37:8 Mwen te gade e vwala, venn te vin sou yo, chè te vin grandi, e po yo te vin kouvri. Men pa t gen souf nan yo.
EZE 37:9 Epi li te di mwen: “Pwofetize a souf lavi a! Pwofetize, fis a lòm, e di a souf lavi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYÈ a: “Vin sòti nan kat van yo, O souf lavi, e soufle sou sila ke yo te touye yo, pou yo ka vin vivan.”’”
EZE 37:10 Konsa, mwen te pwofetize jan Li te kòmande mwen an. Souf lavi a te antre nan yo. Yo te vin vivan e te kanpe sou pye yo, yon lame gran depase.
EZE 37:11 Konsa li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se tout lakay Israël. Gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin koupe retire nèt.’
EZE 37:12 Pou sa, pwofetize e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ouvri tonm nou yo pou fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an; epi Mwen va mennen nou antre nan peyi Israël.
EZE 37:13 Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin ouvri tonm nou yo e fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an.
EZE 37:14 Mwen va mete Lespri M anndan nou, nou va vin vivan e Mwen va mete nou sou pwòp tèren pa nou. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te fin pale, e te fè sa,” deklare SENYÈ a.’”
EZE 37:15 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen ankò. Li te di:
EZE 37:16 “Ou menm, fis a lòm, pran pou kont ou yon mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Juda e pou fis a Israël parèy li yo’. Epi pran yon lòt mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Joseph, bwa Éphraïm nan, ak tout lakay Israël parèy li yo.’
EZE 37:17 Konsa, pou kont ou, fè yo vin jwenn youn ak lòt pou vin fè yon sèl bwa, pou yo ka vin youn nan men ou.”
EZE 37:18 “Lè fis a pèp ou yo mande ou e di: ‘Èske ou p ap deklare a nou menm sa ou vle di ak sa yo?’
EZE 37:19 Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran bwa Joseph la, ki nan men Éphraïm nan, ak tribi Israël parèy li yo, epi Mwen va mete yo avèk li, avèk bwa a Juda a. Konsa, yo va fè yon sèl bwa. Yo va vin youn nan men M.
EZE 37:20 Bwa sou sila ou ekri yo, va nan men ou devan zye yo.”’
EZE 37:21 Pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran fis Israël yo soti nan nasyon kote yo te ale yo. Epi Mwen va rasanble yo soti tout kote pou mennen yo antre nan pwòp peyi pa yo.
EZE 37:22 Konsa, Mwen va fè yo vin yon nasyon nan peyi a, sou mòn Israël yo, epi yon wa va wa pou yo tout. Konsa, yo p ap fè de nasyon ankò e yo p ap divize an de wayòm ankò.
EZE 37:23 Yo p ap souye tèt yo ak zidòl yo ankò, ni ak bagay abominab yo, ni ak okenn nan transgresyon yo. Konsa, Mwen va delivre yo de tout abitasyon kote yo te fè peche yo e Mwen va netwaye yo. Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.”
EZE 37:24 “‘“Sèvitè Mwen an, David va wa sou yo e yo tout va gen yon sèl bèje. Yo va mache nan règleman Mwen yo, e yo va kenbe lalwa M yo, e yo va swiv yo.
EZE 37:25 Yo va viv sou tè ke M te bay a Jacob la, sèvitè Mwen an, nan sila papa zansèt nou yo te rete a. Yo va viv sou li, yo menm, fis yo ak fis a fis yo, jis pou tout tan, epi David, sèvitè Mwen an, va prens yo jis pou tout tan.
EZE 37:26 Mwen va fè yon akò lapè avèk yo. Li va yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan.
EZE 37:27 Anplis, abitasyon Mwen an va avèk yo, epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.
EZE 37:28 Konsa, nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye Israël la, lè sanktyè Mwen an nan mitan yo jis pou tout tan.”’”
EZE 38:1 Epi pawòl Bondye te vin kote mwen. Li te di:
EZE 38:2 “Fis a lòm, mete figi ou vè Gog nan peyi Magog, prens a Rosch la, Méschec, ak Tubal e pwofetize kont li.
EZE 38:3 Di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog, prens a Rosch la, Méschec ak Tubal.
EZE 38:4 Mwen va fè ou detounen. Mwen va mete yon kwòk nan machwè ou, e Mwen va rale ou deyò ak tout lame ou a; cheval ak chevalye yo, yo tout byen abiye, yon gran twoup moun, boukliye ak pwotèj, tout k ap manyen nepe;
EZE 38:5 Perse Ethiopie e Put avèk yo, yo tout ak boukliye ak kas;
EZE 38:6 Gomer ak tout twoup li yo; Beth-Togarma soti kote ki pi lwen nan nò a avèk tout twoup li yo—anpil moun avèk ou.”
EZE 38:7 “‘“Prepare ou e rete prepare, ou menm ak tout twoup ki rasanble antoure ou yo. Veye byen sou yo.
EZE 38:8 Apre anpil jou, ou va vizite. Nan dènye ane yo, ou va vin antre nan tèren ki vin restore soti anba nepe a. Moun ki rasanble va soti anpil nasyon pou rive sou mòn Israël yo. Yon kote ki te devni san vale, va soti nan men nasyon yo, e la, y ap viv ansekirite, yo tout.
EZE 38:9 Ou va monte. Ou va vini tankou yon tanpèt. Ou va tankou yon nwaj k ap kouvri peyi a, ou menm ak tout twoup ou yo, ansanm ak anpil lòt nasyon yo.”
EZE 38:10 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Li va rive nan jou sa a, ke kèk panse va vin antre nan lespri ou e ou va anvizaje yon move plan.
EZE 38:11 Konsa ou va di: ‘Mwen va monte kont peyi a ak vil san miray yo. Mwen va ale kont sila ki an repo yo, ki viv ansekirite yo, yo tout k ap viv san miray yo, san fè fòje ni pòtay yo,
EZE 38:12 pou kaptire e sezi piyaj la, pou vire men ou kont kote dezè ki, koulye a, gen moun yo, e kont pèp ki vin rasanble soti nan nasyon yo, ki te vin genyen byen ak bèt, ki viv nan mitan mond lan.’
EZE 38:13 Séba, Dedan, komèsan Tarsis yo ak tout ti vil li yo va di ou: ‘Èske ou vini pou kaptire piyaj la? Èske ou te rasanble twoup ou yo pou sezi piyaj la, pou pote ale ajan ak lò, pou pote ale bèt ak anpil byen, pou sezi gwo piyaj la?’”’
EZE 38:14 “Pou sa, pwofetize, fis a lòm, e di a Gog: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke pèp Mwen an ap viv ansekirite a, èske ou p ap konnen sa?
EZE 38:15 Ou va sòti nan plas kote ki pi lwen yo nan nò a, ou menm ak anpil pèp avèk ou, yo tout ap galope cheval, yon gwo asanble e yon lame pwisan.
EZE 38:16 Epi ou va vini kont pèp Mwen an, Israël, tankou yon gran nwaj k ap kouvri tout tè a. Li va vin rive nan dènye jou ke Mwen va mennen ou vini kont peyi Mwen, pou nasyon yo ka konnen Mwen lè M fin sanktifye atravè ou menm, O Gog, devan zye yo.”
EZE 38:17 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske ou se moun sou sila ke M te pale nan ansyen jou yo pa sèvitè Mwen yo, pwofèt Israël yo? Sila ki te pwofetize nan jou sa yo pandan anpil ane pou M ta mennen ou kont yo?
EZE 38:18 Li va vin rive nan jou sila a, lè Gog monte kont peyi Israël”, deklare Senyè BONDYE a: “ke gwo chalè mekontantman Mwen va monte nan kòlè Mwen.
EZE 38:19 Nan devouman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, Mwen deklare ke nan jou sa a, va anverite gen yon gwo tranbleman detè nan peyi Israël.
EZE 38:20 Pwason lanmè yo, zwazo syèl yo, bèt nan chan yo, tout bèt sila k ap kouri atè yo ak tout moun sou sifas tè a va souke devan prezans Mwen. Mòn yo tou va jete anba, ti wout apik yo va vin bouche e tout miray va tonbe atè.
EZE 38:21 Mwen va rele yon nepe kont li sou tout mòn Mwen yo”, deklare Senyè BONDYE a. “Nepe a tout moun va kont frè yo.
EZE 38:22 Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf.
EZE 38:23 Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
EZE 39:1 “Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize kont Gog pou di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog! Prens a Rosch, Méschec ak Tubal la.
EZE 39:2 Epi Mwen va detounen ou, kontinye wout la, pran ou soti nan kote nò ki pi izole a pou mennen ou kont mòn Israël yo.
EZE 39:3 Mwen va frape banza ou jis li kite men goch ou, e fè flèch yo tonbe kite men dwat ou.
EZE 39:4 Ou va tonbe sou mòn Israël yo, ou menm, tout sòlda ou yo ak moun ki avèk ou yo. Mwen va bay ou kon manje pou tout kalite zwazo kanivò ak bèt nan chan.
EZE 39:5 Ou va tonbe nan chan ouvri, paske se Mwen menm ki fin pale sa,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 39:6 “Epi Mwen va voye dife sou Magog ak sila ki rete ansekirite nan lil kot lanmè yo, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
EZE 39:7 “‘“Non sen Mwen an, Mwen va fè Li vin rekonèt nan mitan pèp Mwen an, Israël. Konsa, Mwen p ap kite non Mwen vin pwofane ankò. Nasyon yo va konnen ke Mwen se Senyè a, Sila Ki Sen an Israël la.
EZE 39:8 Gade byen, sa ap vini e sa va fèt,” deklare Senyè BONDYE a. “Sa se jou nan sila Mwen te pale a.”
EZE 39:9 “‘“Nan lè sa a, sila ki rete nan vil Israël yo va sòti deyò pou limen dife ak zam yo pou brile yo, ni pwotèj yo, ni boukliye yo, banza ak flèch yo, baton lagè ak nepe yo e pandan sèt ane, yo va fè dife ak yo.
EZE 39:10 Yo p ap pran bwa nan chan an, ni sanble bwa dife ki soti nan forè yo, paske yo va fè dife ak zam yo. Epi yo va pran piyaj a sila ki te piyaje moun yo, e sezi piyaj a sila ki te fè piyaj yo,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 39:11 “‘“Nan jou sa a, Mwen va bay Gog yon simityè la an Israël, nan vale kote moun yo pase sou kote lès lanmè a, e li va bloke sila ki ta pase ladann. Konsa, yo va antere Gog ak tout foul li a, e yo va rele la, ‘Vale Moun Gog la’.
EZE 39:12 “‘“Pandan sèt mwa, lakay Israël va fè antèman yo, pou netwaye peyi a.
EZE 39:13 Menm tout pèp peyi a, va fè antèman yo. Epi sa va fè yo renome patou nan jou sa a, pou pwòp tèt Mwen ka resevwa glwa,” deklare Senyè BONDYE a.”
EZE 39:14 “Yo va mete apa moun ki anplwaye nèt k ap pase nan peyi a. Sila yo k ap pase ap rive kote y ap antere sa yo ki rete sou sifas tè a, pou yo ka netwaye li. Nan fen sèt mwa yo, yo va fè yon rechèch pou twouve yo.
EZE 39:15 Pandan sila k ap fè rechèch nan peyi yo ap pase, e nenpòt moun wè zo a yon moun, alò, li va mete yon makè akote l jiskaske ekip antèman an vin antere li nan Vale Moun Gog la.
EZE 39:16 Pou sa, non vil la menm va Hamona. Konsa yo va netwaye peyi a.”
EZE 39:17 “Pou ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Pale a tout kalite zwazo, ak tout bèt nan chan: “Rasanble nou e vini. Rasanble soti tout kote anvè sakrifis Mwen, ke M ap pral fè pou nou an, youn gwo sakrifis sou mòn Israël yo, pou nou ka manje chè ak bwè san.
EZE 39:18 Nou va manje chè a mesye pwisan yo, e bwè san a prens latè yo, konsi se te belye, jenn mouton, kabrit, ak towo, tout bèt gra a Basan yo.
EZE 39:19 Akoz sa, nou va manje grès jiskaske nou vin toufe nèt ak sakrifis Mwen, ke M fin fè pou nou an.
EZE 39:20 Nou va toufe nèt sou tab Mwen an ak cheval yo, ak mesye mèt cha yo, mesye pwisan yo ak tout gwo mesye lagè yo”, deklare Senyè BONDYE a.’
EZE 39:21 “Konsa, Mwen va mete glwa Mwen pami nasyon yo. Tout nasyon yo va wè jijman ke Mwen te egzekite ak men M, ke M te fè poze sou yo a.
EZE 39:22 Epi lakay Israël va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, depi jou sa a, pou rive ale nèt.
EZE 39:23 Nasyon yo va konnen ke lakay Israël te antre an egzil akoz inikite yo. Akoz yo te aji kon trèt ak Mwen, Mwen te kache figi Mwen de yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men advèsè yo, e yo tout, te tonbe devan nepe.
EZE 39:24 Selon salte yo e selon transgresyon yo, Mwen te aji avèk yo, e Mwen te kache figi Mwen de yo.”
EZE 39:25 “Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Koulye a, Mwen va restore avni a Jacob, e Mwen va gen mizerikòd pou tout lakay Israël, epi Mwen va jalou pou non sen Mwen an.
EZE 39:26 Yo va bliye wont yo ak tout trèt yo te konn fè kont Mwen yo, lè y ap viv ansekirite nan pwòp peyi pa yo, lè okenn moun p ap fè yo pè.
EZE 39:27 Lè Mwen mennen yo retounen soti nan lòt pèp yo, e rasanble yo soti nan peyi lènmi yo; nan lè sa a, Mwen va vin sanktifye de yo devan zye a anpil nasyon.
EZE 39:28 Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, akoz mwen te fè yo antre an egzil pami nasyon yo, e alò, Mwen te rasanble yo ankò nan pwòp peyi yo. Epi Mwen p ap kite okenn nan yo kaptif ankò.
EZE 39:29 Mwen p ap kache figi Mwen de yo ankò, paske M ap gen tan fin vide Lespri m sou lakay Israël,’ deklare Senyè BONDYE a.”
EZE 40:1 Nan venn-senkyèm ane egzil nou an, nan kòmansman ane a, nan dizyèm jou nan mwa a, nan katòzyèm ane apre vil la te fin pran an, nan menm jou sa a, men SENYÈ a te sou mwen e Li te mennen mwen la.
EZE 40:2 Nan vizyon a Bondye yo, Li te mennen m nan peyi Israël, Li te depoze m sou yon mòn byen wo. Epi sou li vè sid te gen yon konstriksyon tankou yon vil.
EZE 40:3 Konsa, se la li te mennen mwen, epi gade byen, te gen yon nonm ak aparans tankou aparans a bwonz, yon lign fisèl fèt ak len ak yon baton apantaj nan men l. Konsa, li te kanpe nan pòtay la.
EZE 40:4 Nonm nan te di m: “Fis a lòm, wè ak zye ou e prete atansyon a tout sa ke m va montre ou; paske ou te vin mennen isit la pou m ta ka montre ou li. Deklare a lakay Israël tout sa ke ou wè.”
EZE 40:5 Gade byen, te gen yon miray sou deyò a tanp lan toutozanviwon, e nan men a nonm nan, te gen yon baton ki mezire sis koude. Yo chak te yon koude plis lajè a yon pla men.
EZE 40:6 Konsa, li te ale nan pòtay ki te gen fas li vè lès. Li te monte sou eskalye li yo, e te mezire papòt pòtay la, yon ba kann nan lajè, epi lòt papòt la te yon ba kann nan lajè.
EZE 40:7 Chanm gad la te yon ba kann nan longè, e yon ba kann nan lajè, epi te gen senk koude antre chanm gad yo. Epi papòt pòtay la akote galri pòtay ki te ouvri pa anndan an te yon ba kann.
EZE 40:8 Li te mezire galri a vè fas pòtay la pa anndan, yon ba kann.
EZE 40:9 Li te mezire galri a pòtay la, uit koude, epi pilye akote li yo, de koude. Epi galri a pòtay la te vè kay la.
EZE 40:10 Chanm gad a pòtay lès yo te twa nan kote sa a, ak twa de lòt kote. Toule twa nan de kote te gen menm mezi. Pilye akote yo te gen menm mezi a nan chak kote tou.
EZE 40:11 Li te mezire lajè pòtay la, dis koude e longè pòtay la, trèz koude.
EZE 40:12 Te gen yon mi baryè yon koude lajè nan chak kote, epi chanm gad yo te sis koude kare nan chak kote.
EZE 40:13 Li te mezire pòtay la soti nan twati a youn nan chanm gad yo, rive nan twati a lòt la, yon lajè a venn-senk koude soti nan yon pòt jis rive nan pòt a lòt anfas la.
EZE 40:14 Li te fè pilye akote yo swasant koude wotè, epi lakou a te rive nan pilye yo jis li antoure pòtay la.
EZE 40:15 Soti devan antre a pòtay, antre a pou rive devan galri enteryè a, te gen senkant koude.
EZE 40:16 Te gen fenèt ki fèt ak gri ki te vizavi a chanm gad yo, nan pozisyon akote pilye yo ak pòtay ki te antoure yo a, e menm jan pou galri yo. Epi te gen fenèt toutozanviwon pa anndan. Epi sou chak pilye akote yo, te gen dekorasyon pye palmis.
EZE 40:17 Konsa, li te mennen mwen nan lakou eksteryè a, e gade byen, te gen chanm ak yon pave ki te fèt pou tout lakou a toupatou. Trant chanm yo te ouvri sou pave a.
EZE 40:18 Pave a te akote pòtay yo, e te koresponn a longè pòtay yo, menm pave pi ba a.
EZE 40:19 Epi li te mezire lajè a soti devan pòtay pi ba a pou rive devan pati eksteryè a lakou enteryè a, yon santèn koude nan lès ak nan nò.
EZE 40:20 Jan pou pòtay lakou eksteryè ki bay fas vè nò a, li te mezire longè li ak lajè li.
EZE 40:21 Li te gen twa chanm gad chak kote. Pilye akote li yo ak galri li yo te gen menm mezi ak premye pòtay la. Longè li te senkant koude e lajè a te venn-senk koude.
EZE 40:22 Fenèt li yo, galri li yo ak dekorasyon pye palmis li yo te gen menm mezi ak pòtay ki te bay fas vè lès la. Epi li te vin jwenn pa sèt mach eskalye yo, e galri li te devan yo.
EZE 40:23 Lakou enteryè a te gen yon pòtay anfas pòtay nan nò a, menm jan ak pòtay nan lès la. Li te mezire san koude soti nan yon pòtay a yon pòtay.
EZE 40:24 Nan lè sa a, li te mennen m vè sid e gade byen, te gen yon pòtay vè sid la. Li te mezire pilye akote li yo ak galri li yo selon menm mezi sila yo.
EZE 40:25 Pòtay ak galri li yo te gen fenèt toutotou tankou lòt fenèt yo. Longè a te senkant koude e lajè a te venn-senk koude.
EZE 40:26 Te gen sèt machpye ki t ap monte vè li e galri li yo te devan yo. Li te gen dekorasyon pye palmis yo sou pilye akote yo, youn nan chak kote.
EZE 40:27 Lakou enteryè a te gen yon pòtay vè sid. Li te mezire de pòtay a pòtay vè sid, san koude.
EZE 40:28 Epi li te mennen m nan lakou enteryè a pa pòtay sid la, e li te mezire pòtay sid la selon menm mezi yo.
EZE 40:29 Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo tout selon menm mezi yo. Epi te gen fenèt nan li ak galri yo ki te antoure l toupatou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè.
EZE 40:30 Te gen galri yo toupatou, venn-senk koude longè e senk koude lajè.
EZE 40:31 Galri li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo e eskalye li a te gen uit machpye.
EZE 40:32 Li te mennen m nan lakou enteryè a vè lès. Li te mezire pòtay la selon menm mezi sila yo.
EZE 40:33 Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo te selon menm mezi sa yo. Pòtay ak galri li yo te gen fenèt toutotou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè.
EZE 40:34 Galri li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo e eskalye a te gen uit machpye.
EZE 40:35 Ankò, li te mennen mwen antre nan pòtay nò a. Li te mezire li selon menm mezi yo—
EZE 40:36 avèk chanm gad li yo, pilye akote li yo ak galri li yo. Pòtay la te gen fenèt toutotou. Longè a te senkant koude e lajè a te venn-senk koude.
EZE 40:37 Pilye akote li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo, youn sou chak kote. Eskalye li a te gen uit machpye.
EZE 40:38 Yon chanm ak pòtay li te bò pilye nan pòtay yo. La, yo te lave ofrann brile yo.
EZE 40:39 Nan galri pòtay la, te gen de tab nan chak kote, tab sou sila yo te touye ofrann brile yo, ofrann peche yo ak ofrann koupabilite a.
EZE 40:40 Sou kote deyò a, pandan yon moun t ap monte vè pòtay nò a, te gen de tab, epi sou lòt kote galri pòtay la, te gen de tab.
EZE 40:41 Kat tab te nan chak kote touprè pòtay la, ki fè uit tab antou sou sila yo te touye sakrifis yo.
EZE 40:42 Pou ofrann brile yo, te gen kat tab an wòch taye, yon koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè e yon koude nan wotè, tab sou sila yo poze enstriman avèk sila yo touye ofrann brile ak sakrifis la.
EZE 40:43 Kwòk yo, longè a yon pla Men te enstale toupatou nan kay la. Sou tab yo, yo te mete chè ofrann nan.
EZE 40:44 Soti deyò jis rive nan pòtay enteryè a, se te chanm pou chantè nan lakou enteryè yo. Youn nan sila yo te akote pòtay nò a, ak fas li vè sid ak youn akote pòtay sid la, ak fas li vè nò.
EZE 40:45 Li te di mwen: “Sa se chanm ki bay fas vè sid la, ki pou prèt ki responsab lokipe tanp yo.
EZE 40:46 Men chanm ki bay fas vè nò a se pou prèt ki responsab okipe lotèl yo. Sila yo se fis a Tsadok yo, ki soti nan fis a Levi ki vin rapwoche yo de SENYÈ a pou fè sèvis Li.”
EZE 40:47 Li te mezire lakou a, an fòm kare nèt, san koude nan longè pa san koude nan lajè. Epi lotèl la te devan tanp lan.
EZE 40:48 Nan lè sa a, li te mennen m nan galri a tanp lan e li te mezire chak kote pilye a galri a, senk koude nan chak kote. Lajè a pòtay la te twa koude nan chak kote.
EZE 40:49 Longè a galeri a te ven koude e lajè a te onz koude. Vè eskalye pa sila li ta ka monte a, te gen kolòn ki te apatyen a pilye akote yo, youn nan chak kote.
EZE 41:1 Epi li te fè m rive kote chanm gran asanble tanp lan, e li te mezire pilye akote yo: sis koude nan lajè nan chak kote, se te lajè a pilye akote a.
EZE 41:2 Lajè a antre a, te dis koude e akote chak antre yo, te dis koude nan chak kote, epi akote antre a te senk koude de chak kote. Li te mezire longè a chanm gran asanble tanp lan, ki te karant koude, e lajè a, ven koude.
EZE 41:3 Konsa, li te antre anndan an e li te mezire chak pilye akote pòtay la, de koude, e pòtay la, sis koude nan wotè, epi lajè pòtay la, sèt koude.
EZE 41:4 Li te mezire longè li, ven koude ak lajè li, ven koude, devan chanm gran asanble a, e li te di mwen: “Sa a se lye ki pi sen an”.
EZE 41:5 Li te mezire miray a tanp lan, sis koude; epi lajè a chanm akote yo, kat koude, toutotou kay la nan chak kote.
EZE 41:6 Chanm akote yo te nan twa etaj, youn anwo lòt, e trant nan chak etaj. Chanm akote yo te lonje rive nan miray ki te toupatou sou kote enteryè yo, pou yo ta ka twouve soutyen, men pa tache nan miray a tanp lan li menm.
EZE 41:7 Chanm akote ki te antoure tanp yo te vin pi laj nan chak nivo etaj yo. Akoz konstriksyon ki te antoure tanp lan te monte pa etaj sou tout kote a tanp lan. Konsa, lajè a tanp lan te vin pi gwo pandan li t ap monte piwo. Konsa, yon moun ta monte soti nan pi ba etaj la pou rive nan piwo a pa yon pasaj nan dezyèm etaj la.
EZE 41:8 Mwen te wè anplis ke kay la te gen yon plafon elve toutotou li. Fondasyon a chanm akote yo te yon bwa kann nèt de sis gran koude.
EZE 41:9 Gwosè a miray eksteryè pou chanm akote yo te senk koude. Men espas lib antre chanm akote yo te apatyen a tanp lan.
EZE 41:10 Antre chanm yo te yon espas de ven koude toutotou tanp lan nan tout akote yo.
EZE 41:11 Pòtay a chanm akote yo vè espas lib la te yon sèl pòtay vè nò a ak yon lòt pòtay vè sid. Lajè a espas lib la te senk koude toutotou li.
EZE 41:12 Konstriksyon ki te devan kote ki apa nan bò vè lwès la, te swasann-dis koude lajè; epi miray a konstriksyon an te senk koude nan gwosè nan toutotou li e longè li te katre-ven-dis koude.
EZE 41:13 Konsa, li te mezire tanp lan, yon santèn koude nan longè a; epi kote apa a, konstriksyon an, ak miray li yo, te osi san koude nan longè.
EZE 41:14 Anplis, lajè pa devan a tanp lan e lajè a kote apa yo avèk kote lès la, te vin fè total, san koude.
EZE 41:15 Li te mezire longè a konstriksyon an avèk devan kote apa a dèyè li a, ak yon galri nan chak bò, san koude. Li te osi mezire enteryè a chanm gran asanble a, ak galri lakou yo,
EZE 41:16 papòt yo, fenèt ak gri yo, ak galri ki antoure twa etaj yo ki anfas papòt la, te fèt ak pano anbwa toupatou soti atè jis rive nan fenèt yo, (men fenèt yo menm te kouvri),
EZE 41:17 rive nan antre a, nan anndan kay la, nan deyò ak nan tout miray la toutotou li nèt, ni anndan ni deyò, te mezire.
EZE 41:18 Li te grave ak cheriben ak pye palmis; epi yon pye palmis te antre cheriben ak cheriben e chak cheriben te gen de figi,
EZE 41:19 Figi a yon nonm vè pye palmis lan sou yon bò e figi a yon jenn lyon vè pye palmis lan sou lòtbò a. Yo te grave menm jan sou tout lakay toutotou li.
EZE 41:20 Soti atè jis rive anwo, nan antre a, cheriben yo ak pye palmis yo te grave e sou miray a chanm gran asanble a tou.
EZE 41:21 Pilye pòt a chanm gran asanble a te an fòm kare. Epi devan sanktyè a, aparans a yon pilye pòt te menm ak lòt la.
EZE 41:22 Lotèl la te fèt an bwa, twa koude nan wotè e longè a, de koude. Kwen li yo, baz li e akote li yo te an bwa. Epi li te di mwen: “Sa se tab ki devan SENYÈ a.”
EZE 41:23 Gran chanm asanble a ak sanktyè a, yo chak te gen yon pòt doub.
EZE 41:24 Chak nan pòt yo te gen de fèy, de fèy ki koube plwaye ouvri fèmen; de fèy pou yon pòt e de fèy pou lòt la.
EZE 41:25 Anplis, te gen grave sou yo, sou pòt chanm gran asanble a, cheriben ak pye palmis yo tankou sila ki te grave sou miray yo. Epi te gen yon papòt an bwa devan galeri pa deyò.
EZE 41:26 Te gen fenèt ak gri yo, ak pye palmis yo sou yon bò ak yon lòt, sou kote galeri yo. Se konsa chanm akote ak papòt kay yo te ye.
EZE 42:1 Epi li te mennen mwen deyò nan lakou a, nan chemen vè nò a. Li te mennen m nan chanm ki te anfas kote apa a, ak anfas konstriksyon an vè nò.
EZE 42:2 Avèk longè a, ki te san koude a, se te pòt nò a; lajè a te senkant koude.
EZE 42:3 Anfas ven koude ki te pou lakou enteryè a, e anfas pave ki te apatyen a lakou eksteryè a, se te galri ki te koresponn ak galeri sou twa etaj yo.
EZE 42:4 Devan chanm yo, se te yon machpye pa anndan de dis koude nan lajè, yon chemen de san koude nan longè, epi ouvèti pa yo te vè nò.
EZE 42:5 Alò, chanm anlè yo te pi piti akoz galri yo te pran plis espas sou yo ke sila nan baz ak mitan etaj nan konstriksyon yo.
EZE 42:6 Paske se nan twa etaj yo te ye e pa t gen pilye tankou pilye nan lakou yo. Akoz sa, chanm anlè yo te vin pi etwat ke mitan ak piba yo.
EZE 42:7 Pou miray eksteryè bò chanm yo, vè lakou deyò anfas chanm yo, longè li te senkant koude.
EZE 42:8 Paske longè a chanm ki te nan lakou eksteryè yo te senkant koude. Epi gade byen, longè a sila anfas tanp yo te san koude.
EZE 42:9 Pi ba chanm sa yo, se te antre sou kote lès la, kote yon moun ka antre nan yo soti nan lakou eksteryè a.
EZE 42:10 Nan epesè miray la sou kote lès, anfas kote apa a e anfas konstriksyon an, te gen chanm yo.
EZE 42:11 Chemen devan yo a te sanble ak chanm ki te sou kote nò yo. Selon longè yo, konsa lajè yo te ye e tout kote pou antre sòti yo te menm selon aranjman ak ouvèti pa yo.
EZE 42:12 Nan koresponn a pòt chanm ki te vè sid yo, te gen yon pòt nan tèt chemen an, chemen devan miray ki te vè lès la, kote yon moun ta antre ladan yo.
EZE 42:13 Konsa, li te di mwen: “Chanm nò yo ak chanm sid yo, ki anfas a kote apa a, yo se chanm sen kote prèt ki rapwoche de SENYÈ a va manje bagay ki sen pase tout lòt yo. La, yo va fè poze bagay pi sen yo, ofrann sereyal la, ofrann peche ak ofrann koupabilite a; paske kote sa a sen.
EZE 42:14 Lè prèt yo antre, alò yo p ap sòti nan lakou eksteryè a lè yo kite sanktyè a san ke yo pa mete la vètman ak sila yo fè sèvis la, paske yo sen. Yo va mete lòt vètman sou yo; nan lè sa a, yo va pwoche sa ki pou pèp la.”
EZE 42:15 Alò, lè l te fin mezire kay enteryè a, li te mennen mwen deyò pa chemen pòtay ki te bay fas vè lès la e te mezire li toupatou.
EZE 42:16 Li te mezire kote lès la ak baton mezi a, senk-san baton pa mezi baton an.
EZE 42:17 Li te mezire kote nò a, senk-san baton pa mezi baton an.
EZE 42:18 Nan sid, li te mezire senk-san baton ak mezi baton an.
EZE 42:19 Li te vire kote lwès e li te mezire senk-san baton ak mezi baton an.
EZE 42:20 Li te mezire li nan kat kote yo. Li te gen yon miray ki te antoure l nèt; longè ki te senk-san ak lajè ki te senk-san an, pou te divize antre sa ki sen ak sa ki pwofàn.
EZE 43:1 Nan lè sa a, li te mennen m nan pòtay la; pòtay ki gen fas li vè lès la;
EZE 43:2 Epi gade byen, glwa Bondye Israël la t ap vini soti nan chemen lès la. Vwa Li te tankou son anpil dlo; epi tè a te limen ak glwa Li.
EZE 43:3 Epi se te tankou vizyon ke m te fè a, tankou vizyon ke m te fè lè Li te vini pou detwi vil la. Epi vizyon yo te tankou vizyon ke m te fè bò kote rivyè Kebar a; epi mwen te tonbe sou figi m.
EZE 43:4 Konsa, glwa SENYÈ a te vini nan kay la pa chemen pòtay ki te gen fas li vè lès la.
EZE 43:5 Epi Lespri a te leve m anlè e te mennen m antre nan lakou enteryè a; epi gade byen, glwa SENYÈ a te ranpli kay la.
EZE 43:6 Nan lè sa a, mwen te tande yon moun ki t ap pale ak mwen soti nan kay la, pandan yon nonm te kanpe akote mwen.
EZE 43:7 Li te di mwen: “Fis a lòm, sa se plas pou twòn Mwen an, ak plas machpye Mwen an, kote Mwen va demere pami fis Israël yo jis pou tout tan. Lakay Israël p ap souye non sen Mwen an ankò, ni yo menm ni wa yo, pa zak pwostitisyon yo, e pa kadav a wa yo lè yo fin mouri,
EZE 43:8 lè yo te mete papòt pa yo akote papòt pa Mwen, poto pòt pa yo akote poto pòt pa Mwen. Te gen yon miray ki te antre Mwen ak yo. Epi yo te souye non sen Mwen an ak abominasyon ke yo te komèt yo. Pou sa, Mwen te konsonmen yo nan gwo kòlè Mwen.
EZE 43:9 Koulye a, kite yo mete akote zak pwostitisyon yo ak kadav a wa yo byen lwen Mwen. Konsa, Mwen va demere pami yo jis pou tout tan.”
EZE 43:10 “Pou ou menm, fis a lòm, bay detay a tanp lan a lakay Israël, pou yo ka wont de inikite yo; epi kite yo mezire plan an.
EZE 43:11 Si yo vin wont de tout sa ke yo te fè yo, fè yo konnen dizay kay la, fòm li, antre ak sòti li yo, dizay li, tout règleman ak tout lwa li yo. Ekri li devan zye yo pou yo ka wè tout dizay ak tout règleman li yo pou fè yo.
EZE 43:12 “Sa se lwa kay la: tout espas toutozanviwon anwo mòn nan va sen pase tout kote. Gade byen, sa se lwa kay la.”
EZE 43:13 “Epi sa yo se mezi lotèl la an koude (koude ki se yon koude plis mezi yon pla men): baz la va yon koude, lajè a va yon koude e arebò sou akote a va anviwon yon anpan; epi sa va wotè a baz lotèl la.
EZE 43:14 Soti nan baz atè a pou rive piba ankadreman an, li va de koude, e lajè a va yon koude; epi soti nan pi piti ankadreman an pou rive nan pi gran ankadreman an, li va kat koude e lajè a va yon koude.
EZE 43:15 Fou chofaj lotèl la va kat koude; epi soti nan fou chofaj la, kat kòn yo va monte anwo a.
EZE 43:16 Alò, fou lotèl la va longè a douz koude pa douz nan lajè, ak kare nan kat kote li yo.
EZE 43:17 Ankadreman an va katòz koude nan longè, katòz nan lajè nan kat kote li yo, arebò li va mwatye koude a e baz li va yon koude toutozanviwon li; epi eskalye li yo va bay fas vè lès.”
EZE 43:18 Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sila yo se règleman pou lotèl la nan jou ke li bati a, pou ofri ofrann brile sou li e pou flite san sou li.
EZE 43:19 ‘Ou va bay a prèt Levit ki sòti nan fanmi Tsadok yo, ki rapwoche de Mwen pou fè sèvis Mwen yo,’ deklare Senyè BONDYE a, ‘yon jenn towo pou yon ofrann peche.
EZE 43:20 ‘Ou va pran kèk nan san li, mete li sou kat kòn yo, sou kat kwen ankadreman an ak toutotou arebò a. Konsa, ou va fè l vin pwòp e fè ekspiyasyon pou li.
EZE 43:21 Ou va, anplis, pran towo pou ofrann peche a, e li va vin brile nan kote ki chwazi nan kay la deyò sanktyè a.
EZE 43:22 “‘Nan dezyèm jou a, ou va ofri yon mal kabrit san defo kon ofrann peche, e yo va netwaye lotèl la jan yo te netwaye li ak towo a.
EZE 43:23 Lè ou fin netwaye li, ou va prezante yon jenn towo san defo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an.
EZE 43:24 Ou va prezante yo devan SENYÈ a; prèt yo va jete sèl sou yo e yo va ofri yo kon ofrann brile a SENYÈ a.
EZE 43:25 “‘Pandan sèt jou, ou va prepare chak jou yon kabrit kon ofrann peche; anplis, yon jenn towo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an, va vin prepare.
EZE 43:26 Pandan sèt jou, yo va fè ekspiyasyon pou lotèl la e fè l vin pwòp; se konsa yo va konsakre li.
EZE 43:27 Lè yo fin konplete nonb de jou yo, li va rive ke nan uityèm jou a e kontinye, prèt yo va ofri ofrann brile pa nou an sou lotèl la ak ofrann lapè nou yo. Konsa, Mwen va aksepte nou,’ deklare Senyè BONDYE a.’”
EZE 44:1 Nan lè sa a, Li te mennen m retounen pa chemen a pòtay eksteryè sanktyè a, ki bay fas li vè lès la; epi li te fèmen.
EZE 44:2 SENYÈ a te di mwen: “Pòtay sa a va fèmen. Li p ap louvri, ni pèsòn p ap janm antre pa li, paske SENYÈ Bondye Israël la te, antre pa li. Akoz sa, li va fèmen.
EZE 44:3 Pou prens lan, li va chita ladann tankou prens pou manje pen devan SENYÈ a. Li va antre pa chemen galri pòtay la, e li va sòti pa menm chemen an.”
EZE 44:4 Epi li te mennen m pa chemen pòtay nò a pou rive devan kay la. Konsa, mwen te gade e vwala glwa SENYÈ a te ranpli lakay SENYÈ a, e mwen te tonbe sou figi m.
EZE 44:5 SENYÈ a te di mwen: “Fis a lòm, make byen, gade ak zye ou, e tande ak zòrèy ou tout sa ke M di ou konsènan tout règleman lakay SENYÈ yo, e konsènan tout lwa li yo. Epi make byen antre kay la, ak tout sòti ki gen nan sanktyè a.
EZE 44:6 Ou va di a sila k ap fè rebèl yo: ‘Senyè BONDYE a di: “Se kont! Sispann fè tout abominasyon nou yo, O lakay Israël.
EZE 44:7 Lè nou te mennen etranje yo antre, ensikonsi nan kè yo ak ensikonsi nan chè yo, pou antre nan sanktyè Mwen an, pou pwofane li, menm lakay Mwen an, lè nou te ofri manje Mwen an, grès ak san an; paske yo te anile akò Mwen an—tout sa, anplis de tout abominasyon nou yo.
EZE 44:8 Epi nou pa t rete responsab nou menm, de bagay sen Mwen yo, men te mete etranje yo responsab de sanktyè mwen an.”
EZE 44:9 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn etranje ensikonsi nan kè, ak ensikonsi nan chè, tout etranje ki pami fis Israël yo, p ap antre nan sanktyè pa M nan.
EZE 44:10 “‘“Men Levit ki te ale lwen Mwen lè Israël te vin egare a, ki te vin egare kite Mwen ki t ap kouri dèyè zidòl yo, va pote pinisyon pou inikite pa yo.
EZE 44:11 Malgre sa, yo va fè sèvis nan sanktyè Mwen an, pou gen zye sou pòtay kay yo, ak fè sèvis nan kay la. Yo va touye ofrann brile ak sakrifis pou pèp la, e yo va kanpe devan yo pou fè sèvis.
EZE 44:12 Akoz yo te fè sèvis pou yo devan zidòl yo, e yo te vin yon wòch chite, inikite, pou lakay Israël; akoz sa, Mwen te sèmante kont yo”, deklare Senyè BONDYE a: “Ke yo va pote pinisyon pou inikite pa yo a.
EZE 44:13 Konsa, yo p ap vin rapwoche de Mwen, pou sèvi kon prèt pou Mwen, ni vin rapwoche de okenn nan bagay sen Mwen yo, vè bagay ki sen pase tout lòt yo; men yo va pote wont ak abominasyon ke yo te fè yo.
EZE 44:14 Malgre sa, Mwen va deziye yo pou kenbe responsabilite kay la, pou tout sèvis ak tout sa k ap fèt ladann.
EZE 44:15 “‘“Men prèt Levit yo, fis a Tsadok yo, ki te kenbe responsabilite sanktyè pa M nan lè fis Israël yo te vin egare kite Mwen an, va vin rapwoche de Mwen pou fè sèvis pou Mwen. Yo va kanpe devan M pou ofri Mwen grès ak san an,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 44:16 Yo va antre nan sanktyè Mwen an. Yo va vin rapwoche de tab Mwen an pou fè sèvis Mwen, e kenbe responsabilite Mwe,n an.
EZE 44:17 “‘“Li va fèt ke lè yo antre nan pòtay lakou enteryè yo, yo va abiye ak vètman len. Epi lenn p ap sou yo pandan y ap fè sèvis nan pòtay lakou enteryè yo ak anndan kay yo.
EZE 44:18 Mòso twal an len va sou tèt yo e souvètman fèt ak len va nan ren yo. Yo p ap abiye ak okenn bagay ki pou fè yo swe.
EZE 44:19 Lè yo sòti deyò vè pèp la, nan lakou deyò a, yo va retire vètman yo te sèvi nan fè sèvis la, e lage yo nan chanm sen yo. Yo va mete lòt vètman pou yo pa transmèt sentete a pèp la avèk vètman yo.
EZE 44:20 “‘“Anplis, yo p ap pase razwa nan tèt yo, ni yo p ap kite cheve a vin long. Se sèl cheve nan tèt yo y ap koupe.
EZE 44:21 Ni okenn nan prèt yo pa pou bwè diven pandan y ap antre nan lakou enteryè a.
EZE 44:22 Epi yo p ap marye ak yon vèv ni yon fanm divòse, men yo va pran vyèj ki soti nan desandan lakay Israël yo, oswa yon vèv ki se vèv a yon prèt.
EZE 44:23 Anplis, yo va enstwi pèp Mwen an pou distenge antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, e fè yo distenge antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.
EZE 44:24 “‘“Nan yon diskisyon, yo va kanpe pran plas yo pou jije. Yo va jije sa selon òdonans Mwen yo. Yo va anplis, kenbe lwa M yo, ak règleman Mwen yo, nan tout fèt chwazi Mwen yo. Yo va kenbe tout Saba Mwen yo sen.
EZE 44:25 “‘“Yo p ap ale kote yon moun mouri pou yo vin souye; sepandan, pou papa, manman, pou fis, fi, pou frè, oswa yon sè ki pa t gen mari, yo kapab souye tèt yo.
EZE 44:26 Aprè li fin netwaye, sèt jou va ekoule pou li.
EZE 44:27 Nan jou ke li antre nan sanktyè a, nan lakou enteryè pou fè sèvis nan sanktyè a, li va ofri lofrann peche pa li a”, deklare Senyè BONDYE a.
EZE 44:28 “‘Epi sa va konsidere kon yon eritaj pou yo, ke se Mwen ki eritaj yo; epi ou p ap bay yo okenn posesyon an Israël——se Mwen menm ki posesyon yo.
EZE 44:29 Yo va manje ofrann sereyal la, ofrann peche a, ak ofrann koupabilite; epi tout bagay ki konsakre an Israël va pou yo.
EZE 44:30 Premye a tout premye fwi tout kalite ak tout don a tout kalite soti nan tout sa nou kontribye va pou prèt yo. Nou va, anplis, bay prèt la premye nan bòl farin nou yo, pou fè benediksyon vin poze sou lakay nou.
EZE 44:31 Prèt yo p ap manje okenn zwazo, bèt ki te mouri pa mò natirèl, oswa ki te dechire an mòso.
EZE 45:1 “‘“Anplis, lè ou divize pa tiraj osò, peyi eritaj la, ou va ofri yon pòsyon a SENYÈ a, yon pòsyon sen nan tè a. Longè li va venn-senk-mil koude, e lajè li va ven-mil koude. Li va sen anndan toutozanviwon lizyè li yo.
EZE 45:2 Sòti nan pòsyon sa a, va gen pou kote sen an, yon pòsyon senk-san koude pa senk-san koude, ak yon espas ouvri de senkant koude nan lajè ki antoure li.
EZE 45:3 Soti kote sa a, ou va mezire yon longè venn-senk-mil koude ak yon lajè di-mil koude. Nan li, va gen sanktyè a, kote ki sen pase tout kote a.
EZE 45:4 Se va pòsyon ki sen nan peyi a. Li va pou prèt yo, sèvitè sanktyè yo, ki te vin rapwoche pou fè sèvis SENYÈ a. Li va yon kote pou lakay yo e yon kote ki sen pou sanktyè a.
EZE 45:5 Yon kote venn-senk-mil koude nan longè e di-mil koude nan lajè va pou Levit yo, sèvitè kay yo ak posesyon pa yo, vil pou yo rete ladann.
EZE 45:6 “‘“Ou va bay vil la yon pòsyon senk-mil koude nan lajè, ak venn-senk-mil koude nan longè, k ap akote pòsyon sen an. Sa va pou tout kay Israël la nèt.”
EZE 45:7 “‘“Prens lan va gen tè a sou toude kote pòsyon sen an, ki pou vil la, akote espas sen an ak tè vil la, sou kote lwès vè lwès la, e sou kote lès vè lès la, ki koresponn nan longè a youn nan pòsyon a pòsyon yo, k ap sòti nan lizyè lwès peyi a, pou rive nan lizyè lès la.
EZE 45:8 Nan peyi a, sa va tèren pa li an Israël. Epi prens Mwen yo p ap oprime pèp Mwen an ankò, men yo va kite lakay Israël gen tè selon tribi pa yo.”
EZE 45:9 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se ase! Nou menm ki prens an Israël yo! Kite vyolans ak destriksyon an pou pratike lajistis ak ladwati! Sispann fè piyaj sou pèp Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 45:10 “Ou va gen balans ki peze byen, yon mezi efa, ak yon mezi bat ki jis.
EZE 45:11 Mezi efa a ak bat la va gen menm fòs, jiskaske yon mezi bat, gen yon dizyèm omè e yon mezi efa gen yon dizyèm omè; se selon omè yo va regle.
EZE 45:12 Sekèl la va gen ven gera; ven sekèl, plis venn-senk sekèl, plis kenz sekèl va sèvi kon mezi min ou.”
EZE 45:13 “‘“Men ofrann ke ou va ofri a: yon sizyèm efa soti nan yon omè ble; yon sizyèm efa soti nan yon omè lòj;
EZE 45:14 Epi pòsyon lwil la jan li etabli a; yon dizyèm bat soti nan chak kò, (kò a tankou omè a, gen 10 bat).
EZE 45:15 Epi yon mouton soti nan chak bann mouton ak de-san bèt ki soti kote ki awoze an Israël yo——pou yon ofrann sereyal, yon ofrann brile, ak ofrann lapè yo, pou fè ekspiyasyon pou yo”, deklare Senyè BONDYE a.
EZE 45:16 “Tout pèp peyi a va bay ofrann sa a pou prens Israël la.
EZE 45:17 Se va devwa prens lan pou founi ofrann brile yo, ofrann sereyal yo ak ofrann bwason yo nan fèt yo, nan fèt nouvèl lalin yo, nan Saba yo, nan tout fèt etabli pou lakay Israël yo. Li va founi ofrann peche a, ofrann sereyal la ak ofrann brile a, pou fè ekspiyasyon pou lakay Israël.”
EZE 45:18 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan premye mwa a, nan premye nan mwa a, ou va pran yon jenn towo san defo pou netwaye sanktyè a.
EZE 45:19 Prèt la va pran kèk nan san soti nan ofrann peche a pou mete li sou poto pòt yo, nan kat kwen ankadreman lotèl la ak sou poto pòtay la nan lakou enteryè a tanp lan.
EZE 45:20 Konsa nou va fè nan setyèm jou nan mwa a pou tout moun ki vin egare kite chemen dwat la, oswa ki fè enpridans. Konsa ou va fè ekspiyasyon pou kay la.
EZE 45:21 “‘“Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, ou va fè Pak la, yon fèt pandan sèt jou; pen san ledven va manje.
EZE 45:22 Nan jou sa a, prens lan va founi pou tèt li ak tout pèp peyi a, yon towo pou yon ofrann peche.
EZE 45:23 Pandan sèt jou nan fèt la, li va founi kon yon ofrann brile a SENYÈ a sèt towo ak sèt belye san defo chak jou nan sèt jou yo ak yon mal kabrit chak jou kon yon ofrann peche.
EZE 45:24 Li va founi kon yon ofrann sereyal, yon efa ak yon towo, yon efa ak yon belye, e yon mezi lwil ak yon efa.”
EZE 45:25 “‘“Nan setyèm mwa a, nan kenzyèm jou a, nan fèt la, li va founi konsa, sèt jou pou ofrann peche a, ofrann brile a, ofrann sereyal la ak lwil la.”
EZE 46:1 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pòtay pou lakou enteryè ki bay fas vè lès la va fèmen pandan sis jou travay yo; men li va ouvri nan Saba a, e li va vin ouvri nan jou nouvèl lin nan.
EZE 46:2 Prens lan va antre pa chemen galri a, soti deyò pou kanpe akote poto pòtay la. Epi prèt yo va founi ofrann brile li yo ak ofrann lapè li yo, li va adore nan papòt pòtay la, e li va sòti. Men pòtay la p ap fèmen jis rive nan aswè.
EZE 46:3 Pèp peyi a osi va adore nan papòt pòtay la devan SENYÈ a, nan Saba yo, ak nouvèl lin yo.
EZE 46:4 Ofrann brile ke prens lan va ofri a SENYÈ a nan jou Saba, a va sis jenn mouton san defo, ak yon belye san defo;
EZE 46:5 epi ofrann sereyal la va yon efa ak belye a, ofrann sereyal la ak jenn mouton yo, va kantite ke li kapab bay la e yon mezi lwil ak yon efa.
EZE 46:6 Nan jou nouvèl lin nan, li va ofri yon jenn towo san defo; anplis, sis jenn mouton ak yon belye ki san defo.
EZE 46:7 Epi li va founi yon ofrann sereyal, yon efa ak towo a, yon efa ak belye a, ak jenn mouton yo, kantite ke li kapab bay la, yon mezi lwil ak yon efa.
EZE 46:8 Lè prens lan antre, li va antre pa galri pòtay la, e li va sòti pa menm chemen an.”
EZE 46:9 “‘“Men lè pèp peyi a vini devan SENYÈ a nan fèt chwazi yo, sila ki antre pa pòtay nò pou adore a, va sòti pa pòtay sid la. Epi sila ki antre pa pòtay sid la, va sòti pa pòtay nò a. Pèsòn pa pou retounen pa menm chemen ke li te antre a, men li va sòti tou dwat.
EZE 46:10 Lè yo antre, prens lan va antre pami yo; epi lè yo sòti, li va sòti.”
EZE 46:11 “‘“Nan fèt ak jou fèt chwazi yo, ofrann sereyal yo va yon efa ak yon towo, yon efa ak yon belye, ak jenn mouton yo, kantite ke l ap kapab bay la, yon mezi lwil ak yon efa.
EZE 46:12 Lè prens lan founi yon ofrann bòn volonte, yon ofrann brile, oswa ofrann lapè kon ofrann bòn volonte a SENYÈ a, pòtay vè lès la va vin ouvri pou li. Epi li va founi ofrann brile pa li a, ak ofrann lapè li a, jan li konn fè nan jou Saba a. Epi li va sòti e pòtay la va vin fèmen lè li fin sòti.
EZE 46:13 “‘“Epi ou va founi yon mouton yon lane, san defo pou yon ofrann brile a SENYÈ a chak jou; chak maten, ou va founi li.
EZE 46:14 Anplis, ou va founi yon ofrann sereyal ak li chak maten, yon sizyèm efa ak yon tyè mezi lwil pou mouye farin fen an, yon ofrann sereyal a SENYÈ a tout tan selon yon òdonans ki p ap janm fini oubyen chanje.
EZE 46:15 Konsa, yo va founi yon ofrann sereyal ak li chak maten, kon yon ofrann brile ki va fèt tout tan.”
EZE 46:16 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Si prens lan bay yon don eritaj a nenpòt nan fis li yo, li va apatyen a fis li yo; se posesyon pa yo selon règleman eritaj la.
EZE 46:17 Men si li bay yon don nan eritaj li a youn nan sèvitè li yo, sa va pou li jis rive nan ane libète a; epi li va retounen a prens lan. Eritaj li va sèl pou fis li yo; li va apatyen a yo menm.
EZE 46:18 Prens lan pa pou pran nan eritaj a pèp la e mete yo deyò nan pwòp posesyon pa yo. Li va bay fis li yo yon eritaj k ap sòti nan pwòp posesyon pa li, pou pèp Mwen an pa vin divize, okenn moun, de posesyon pa li a.”’”
EZE 46:19 Epi li te mennen m pase nan antre akote pòtay la, antre anndan chanm sen pou prèt yo, ki te bay fas vè nò. Epi gade byen, te gen yon plas pa dèyè nèt vè lwès.
EZE 46:20 Li te di mwen: “Sa se plas kote prèt yo va bouyi ofrann koupab ak ofrann peche a ak kote yo va kwit ofrann sereyal la, pou yo pa oblije mennen yo deyò nan lakou eksteryè a, pou l ta transmèt sentete a pèp la.”
EZE 46:21 Konsa, li te mennen m deyò nan lakou eksteryè a, e te mennen m travèse kat kwen lakou a; epi gade byen; nan chak kwen lakou a, te gen yon ti lakou.
EZE 46:22 Nan kat kwen lakou a, te gen ti lakou fèmen karant koude nan longè e trant koude nan lajè, yo tout te nan menm mezi.
EZE 46:23 Te gen yon miray ki te antoure yo, antoure yo toule kat, e pozisyon pou bouyi yo a te fèt toutozanviwon anba mi yo.
EZE 46:24 Epi li te di m: “Sila yo se plas bouyi kote sèvitè kay yo va bouyi sakrifis a pèp yo.”
EZE 47:1 Epi li te mennen m retounen nan pòt kay la; epi gade byen dlo t ap koule soti anba papòt kay la vè lès, paske kay la te bay fas vè lès. Epi dlo a t ap koule soti pa anba, soti akote dwat kay la, soti kote sid lotèl la.
EZE 47:2 Li te mennen mwen deyò pa chemen pòtay nò a, epi te mennen m ozanviwon pa deyò rive nan pòtay eksteryè a, pa chemen pòtay ki bay fas vè lès la. Epi gade byen, dlo t ap koule soti nan kote sid la.
EZE 47:3 Lè mesye a te sòti deyò vè lès ak yon kòd mezi nan men l, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo a, dlo ki te rive nan cheviy pye l yo.
EZE 47:4 Ankò, li te mezire mil koude e li te mennen m pase nan dlo ki rive jis nan jenou yo. Ankò, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo ki rive nan senti a.
EZE 47:5 Ankò, li te mezire mil koude; epi yon rivyè ke m pa t ka travèse, paske dlo a te vin leve, te gen ase dlo naje ladann, yon rivyè ki pa t ka janbe sou pye.
EZE 47:6 Li te di m: “Fis a lòm, èske ou wè sa a?” Konsa, li te mennen m retounen rive arebò rivyè a.
EZE 47:7 Alò, lè m te retounen, gade byen, akote rivyè a, te gen anpil pyebwa nan yon kote yo ak nan lòt la.
EZE 47:8 Li te di mwen: “Dlo sila yo sòti nan rejyon lès pou desann rive nan dezè a. Depi la, yo kontinye vè lanmè, menm antre nan lanmè. Lanmè a ap soti, e dlo lanmè yo va geri.
EZE 47:9 Li va vin rive ke tout kreyati vivan ki naje tout kote ke rivyè a ale, yo va viv. Konsa, va genyen anpil pwason, paske dlo sa yo ale la e dlo lanmè yo va geri. Tout bagay va viv nenpòt kote rivyè a ale.
EZE 47:10 Epi li va vin rive ke mesye lapèch yo va kanpe akote li. Soti En-Guédi jis rive En-Églaïm, va gen kote pou ouvri filè yo. Pwason pa yo va selon espès pa yo, tankou pwason Gwo Lanmè a, anpil, anpil.
EZE 47:11 Men marekaj li yo ak fòs li yo p ap geri; yo va rete sale.
EZE 47:12 Akote rivyè a, arebò li, soti yon kote a yon lòt, va grandi tout pyebwa ki bay manje. Fèy yo p ap fennen e fwi yo p ap manke. Yo va donnen chak mwa akoz dlo yo koule soti nan sanktyè a, fwi pa yo va pou manje e fèy yo va pou gerizon.”
EZE 47:13 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa va sèvi kon lizyè ak sila nou va divize peyi a kon eritaj pami douz tribi Israël yo. Joseph va gen de pòsyon.
EZE 47:14 Nou va divize li kon eritaj, chak egal ak lòt; paske Mwen te sèmante pou bay li a papa zansèt nou yo, e peyi sa a va tonbe a nou menm kon eritaj.
EZE 47:15 “Sa se lizyè peyi a: nan kote nò, soti nan Gwo Lanmè a, pa chemen Hethlon, jis rive nan antre a Tsedad;
EZE 47:16 Hamath, Bérotha, Sibraïm, ki antre lizyè Damas ak lizyè Hamath; Hatzer-Hatthicon, kote lizyè Havran nan.
EZE 47:17 Lizyè a va rive soti nan lanmè a Hatsar-Énon nan lizyè Damas e nan rejyon nò, vè nò, se lizyè Hamath la. Sa se fwontyè nan kote nò a.”
EZE 47:18 “Nan kote lès la, soti nan antre Havran, Damas Galaad ak peyi Israël, se va Larivyè Jourdain an; soti nan lizyè nò a jis rive nan lanmè lès la, ou va mezire li. Sa se kote lès la.”
EZE 47:19 “Nan kote sid la, vè sid li va soti Thamar jis rive nan dlo Meriba-Kadès, pou rive nan flèv Égypte la ak nan Gwo Lanmè a. Sa se kote sid la, vè sid.”
EZE 47:20 “Nan kote lwès la, se va Gwo Lanmè a, soti nan lizyè sid la pou rive nan yon pwent anfas Lebo-Hamath. Sa se kote lwès la.”
EZE 47:21 “Konsa nou va pataje peyi sa pami nou menm selon tribi Israël yo.
EZE 47:22 Ou va divize li pa tiraj osò kon eritaj pami nou menm e pami letranje ki rete nan mitan nou yo, ki fè fis nan mitan nou yo. Epi yo va pou nou tankou moun peyi natal, pami fis Israël yo; yo va resevwa yon eritaj avèk nou pami tribi Israël yo.
EZE 47:23 Epi nan tribi kote etranje a rete a, se la ou va bay li eritaj li,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 48:1 Alò, sila yo se non a tribi yo: soti nan pwent nò a, akote chemen a Hethlon rive Lebo-Hamath, Hatsar-Énon nan lizyè Damas la, vè nò a akote Hamath, ki kouri soti nan lès pou ale nan lwès Dan, yon pòsyon.
EZE 48:2 Akote lizyè a Dan nan, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Aser, yon pòsyon.
EZE 48:3 Akote lizyè Aser a, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Nephthali, yon pòsyon.
EZE 48:4 Akote lizyè Nephthali a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Manassé, yon pòsyon.
EZE 48:5 Akote lizyè Manassé a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Éphraïm, yon pòsyon.
EZE 48:6 Akote lizyè Éphraïm nan, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Ruben, yon pòsyon.
EZE 48:7 Akote lizyè Ruben an, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Juda, yon pòsyon.
EZE 48:8 Epi akote lizyè Juda a, soti nan kote lès la, jis rive nan kote lwès la, va yon pòsyon ke nou va mete akote, venn-senk-mil koude nan lajè ak nan longè, kon youn nan pòsyon yo, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la; epi sanktyè a va nan mitan li.
EZE 48:9 Pòsyon ke nou va rezève pou SENYÈ a, venn-senk-mil koude nan longè, e di-mil koude nan lajè.
EZE 48:10 Pòsyon sen an va pou sila yo; pou prèt yo, vè nò, venn-senk-mil koude nan longè vè lwès, di-mil nan lajè, e vè sid, venn-senk-mil nan longè; epi sanktyè SENYÈ a va nan mitan l.
EZE 48:11 Li va pou prèt ki sen pami fis a Tsadok yo, ki te kenbe responsabilite Mwen an, ki pa t vin egare lè fis Israël yo te vin egare, jan Levit yo te egare a.
EZE 48:12 Li va yon pòsyon pou yo soti nan pòsyon peyi a, yon kote ki sen pase tout kote, akote pòsyon Levit yo.
EZE 48:13 Akote lizyè prèt yo, Levit yo va gen venn-senk-mil koude nan longè, e di-mil nan lajè. Longè total la va venn-senk-mil koude, e lajè a va di-mil koude.
EZE 48:14 Anplis, yo p ap ni vann ni fè echanj okenn ladann, ni anile okenn nan pòsyon chwazi nan tèren sa a; paske li sen a SENYÈ a.
EZE 48:15 Rès la, senk-mil koude nan lajè e venn-senk-mil koude nan longè, va pou sèvis vil la, pou kay yo ak pou espas ouvri yo; epi lavil la va nan mitan li.
EZE 48:16 Sa yo va mezi li: Nan kote nò a, kat-mil-senk-san koude, kote sid la, kat-mil-senk-san koude, kote lès la, kat-mil-senk-san koude, e kote lwès la, kat-mil-senk-san koude.
EZE 48:17 Vil la va gen espas ouvri yo: Nan nò, de-san-senkant koude, nan sid, de-san-senkant koude, nan lès, de-san-senkant koude e nan lwès, de-san-senkant koude.
EZE 48:18 Rès longè akote pòsyon ki sen an, va di-mil koude vè lès, e di-mil koude vè lwès; epi li va kouri akote pòsyon sen an. Epi pwodwi li yo va vin manje pou ouvriye vil yo.
EZE 48:19 Ouvriye vil yo, ki sòti nan tout tribi Israël yo, va kiltive li.
EZE 48:20 Tout pòsyon an va venn-senk-mil pa venn-senk-mil koude; nou va mete apa pòsyon sen an, yon pòsyon an fòm kare, ak tèren vil la.
EZE 48:21 Tout sa ki rete va pou prens lan, de yon kote a yon lòt kote, de pòsyon sen an ak tèren vil la; devan venn-senk-mil koude a pòsyon an vè lizyè lès la, e vè lwès, devan venn-senk-mil koude vè lizyè lwès la, akote pòsyon yo, li va pou prens lan. Epi pòsyon sen an ak sanktyè kay la va nan mitan li.
EZE 48:22 Apa de tèren Levit yo ak tèren vil la, ki nan mitan a sila ki apatyen a prens lan, tout bagay antre lizyè Juda a ak lizyè Benjamin an va pou prens lan.
EZE 48:23 Pou tout rès tribi yo: Soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Benjamin, yon pòsyon.
EZE 48:24 Akote lizyè Benjamin an, soti nan kote lès la pou rive nan lwès la, Siméon, yon pòsyon.
EZE 48:25 Akote lizyè Siméon an, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Issacar, yon pòsyon.
EZE 48:26 Akote lizyè Issacar a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Zabulon, yon pòsyon.
EZE 48:27 Akote lizyè Zabulon an, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Gad, yon pòsyon.
EZE 48:28 Akote lizyè Gad la, soti nan kote vè sid la, lizyè a va soti Thamar jis rive nan dlo a Meriba yo nan Kadès, nan flèv Égypte la, jis rive nan Gwo Lanmè a.
EZE 48:29 Sa se peyi ke nou va divize selon tiraj osò bay tribi Israël yo, kon eritaj e sila yo se pòsyon pa yo,” deklare Senyè BONDYE a.
EZE 48:30 “Sa yo se kote pou sòti nan vil la: Nan kote nò a, kat-mil-senk-san koude pa mezi,
EZE 48:31 Sa yo va pòtay vil yo, ki gen non a tribi Israël yo, twa pòtay vè nò: pòtay Ruben an, youn; pòtay Juda a, youn; pòtay Levi a, youn.
EZE 48:32 “Nan kote lès la, kat-mil-senk-san koude, va gen twa pòtay sila yo: pòtay Joseph la, youn; pòtay Benjamin an, youn; pòtay Dan nan, youn.
EZE 48:33 “Nan kote sid la, kat-mil-senk-san koude pa mezi, va gen twa pòtay: pòtay Siméon an, youn; pòtay Issacar a, youn; pòtay Zabulon an, youn.
EZE 48:34 “Nan kote lwès la, kat-mil-senk-san koude, twa pòtay: pòtay Gad la, youn; pòtay Aser a, youn; pòtay Nephthali a, youn.
EZE 48:35 “Vil la va diz-ui-mil koude antoure nèt; epi non a vil la soti nan jou sa a va: ‘SENYÈ a la’.”
DAN 1:1 Nan twazyèm ane a règn Jojakim, wa Juda a; Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te rive Jérusalem e te fè syèj sou li.
DAN 1:2 Senyè a te livre Jojakim, wa Juda a, nan men li, ansanm ak kèk nan veso lakay Bondye yo. Epi Nebucadnetsar te pote yo nan peyi Schinear, kote lakay dye pa li a, e li te mennen veso yo antre nan trezò a dye li a.
DAN 1:3 Alò, wa a te pase lòd a Aschpenaz, chèf sou ofisye pa l yo, pou mennen kèk nan fis Israël yo, ansanm ak kèk nan fanmi wayal la ak kèk nan prens yo:
DAN 1:4 jennonm ki te san defo, ki te bo gason, ki te montre yo entèlijan nan tout kalite sajès, beni avèk bon konprann e ak kapasite pou disène, e ki te gen kapasite pou fè sèvis nan palè a wa a; pou l ta ka enstwi yo nan lèt ak langaj Kaldeyen yo.
DAN 1:5 Wa a te chwazi pou yo yon pòsyon manje ki te sòti nan meyè manje a wa a ak nan diven ke li te konn bwè. Anplis, li te fè lòd pou yo ta kapab fè enstriksyon lekòl pandan twazan, epi nan fen a twazan yo, yo te dwe antre nan sèvis pèsonèl a wa a.
DAN 1:6 Alò, pami yo, soti nan fis a Juda yo, se te Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria.
DAN 1:7 Answit, chèf nan linik yo te bay nouvo non a yo menm. Pou Daniel, li te bay non Beltschatsar, Hanania non a Schadrac, Mischaël non a Méschac e Azaria, non a Abed-Nego.
DAN 1:8 Men Daniel te pran desizyon nan panse li pou li pa t souye tèt li ak meyè manje a wa a, ni ak diven li te konn bwè a. Konsa, li te chache pèmisyon a chèf nan linik yo pou li pa ta souye tèt li.
DAN 1:9 Alò, Bondye te bay Daniel favè ak gras devan zye a chèf ofisye yo.
DAN 1:10 Epi chèf nan linik yo te di a Daniel: “Mwen gen krent mèt mwen, Wa a, ki te bay lòd konsènan manje nou ak bwason nou. Paske poukisa li ta dwe wè figi nou nan yon eta pi mal ke lòt jennonm ki gen menm laj avèk nou yo? Alò, nou ta fè mwen peye pri tèt mwen bay wa a.”
DAN 1:11 Men Daniel te di a sipèvizè ke chèf nan linik yo te chwazi sou Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria a,
DAN 1:12 “Souple, teste sèvitè ou yo pandan di jou. Kite nou resevwa sèlman kèk legim pou manje ak dlo pou bwè.
DAN 1:13 Epi konsa, kite aparans nou vin konpare ak aparans a jennonm k ap manje meyè manje a wa a; epi aji ak sèvitè ou yo selon sa ou wè a.”
DAN 1:14 Konsa, li te koute yo nan bagay sa a, e te teste yo pandan di jou.
DAN 1:15 Nan fen di jou yo, aparans yo te parèt pi bon, e yo te angrese plis ke tout jennonm ki t ap manje meyè manje a wa a.
DAN 1:16 Akoz sa, sipèvizè a te kontinye retire meyè manje sa yo, ak diven yo te dwe pou bwè, e te kontinye bay yo legim yo.
DAN 1:17 Konsènan kat jennonm sila yo Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv.
DAN 1:18 Konsa, nan fen jou wa a te etabli pou prezante yo a, linik a wa a te fè yo parèt devan Nebucadnetsar.
DAN 1:19 Wa a te pale ak yo e pami yo tout, pa t gen youn ki te konpare ak Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria. Akoz sa, yo te antre nan sèvis pèsonèl a wa a.
DAN 1:20 Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a.
DAN 1:21 Epi Daniel te kontinye jis rive nan premye ane Cyrus, wa a.
DAN 2:1 Alò, nan dezyèm ane règn Nebucadnetsar a, Nebucadnetsar te fè rèv yo. Epi lespri li te twouble, e li pa t ka dòmi.
DAN 2:2 Konsa, wa a te pase lòd pou rele fè antre tout majisyen yo, mèt zetwal yo, moun ki fè cham, mèt wanga ak Kaldeyen yo pou pale ak wa a, e fè l tande ki rèv li te fè yo. Konsa, yo te antre e te kanpe devan wa a.
DAN 2:3 Wa a te di yo: “Mwen te fè yon rèv e lespri m vin twouble pou l ta konprann rèv la.”
DAN 2:4 Kaldeyen yo te pale ak wa a an Arameyen: “O wa, viv jis pou tout tan! Pale rèv la a sèvitè ou yo e nou va deklare entèpretasyon li.”
DAN 2:5 Wa a te reponn a Kaldeyen yo: “Lòd mwen an fin etabli: si nou pa fè m konnen rèv la ak entèpretasyon li a, nou va vin chire mòso an mòso, e lakay nou va vin yon pil ranblè.
DAN 2:6 Men si nou deklare rèv la ak entèpretasyon li, nou va resevwa nan men m, kado, rekonpans ak gwo lonè. Pou sa, fè m deklarasyon rèv la ak entèpretasyon li.”
DAN 2:7 Yo te reponn yon dezyèm fwa. Yo te di: “Kite wa a eksplike rèv la a sèvitè li yo e nou va deklare entèpretasyon li.”
DAN 2:8 Wa a te reponn: “Mwen konnen, anverite, ke nou ap jwe pou tan, paske nou te wè ke lòd mwen an gentan fin byen etabli.
DAN 2:9 Men si nou pa fè m konnen rèv la, ap gen yon sèl dekrè pou nou. Paske nou te vin antann nou, youn ak lòt pou fè manti ak pale pawòl konwonpi devan m, jiskaske bagay la vin chanje. Pou sa a, fè m konnen rèv la pou m ka konnen ke nou kapab deklare entèpretasyon li ban mwen.”
DAN 2:10 Kaldeyen yo te reponn wa a, e te di: “Nanpwen yon nonm sou latè ki kapab deklare bagay la bay wa a, otan ke okenn gwo wa oswa chèf pa t janm mande okenn bagay konsa a okenn majisyen, mèt wanga, oswa Kaldeyen.
DAN 2:11 Anplis, bagay ke wa a mande a difisil, e nanpwen okenn lòt moun ki ka deklare li bay wa a sof ke dye yo, ki pa rete nan chè mòtèl.”
DAN 2:12 Akoz sa, wa a te vin ranpli ak kòlè ak gwo mekontantman, e li te bay lòd pou detwi tout mesye saj Babylone yo.
DAN 2:13 Konsa, dekrè a te pibliye ke mesye saj yo ta dwe touye. Konsa, yo t ap chache Daniel ak zanmi li yo pou touye yo.
DAN 2:14 Men Daniel te reponn ak sajès e ak bon konprann a Ajoc, chèf kò gad a wa a, ki te ale deyò pou touye mesye saj a Babylone yo.
DAN 2:15 Li te di a Ajoc, chèf pou wa a: “Pou ki rezon dekrè a wa a prese konsa?” Epi Ajoc te pale Daniel tout bagay la.
DAN 2:16 Konsa, Daniel te antre anndan e te fè yon demann a wa a pou li ta bay li tan, pou l ta ka deklare entèpretasyon an bay a wa a.
DAN 2:17 Epi Daniel te ale lakay li. Li te fè zanmi li yo Hanania, Mischaël, ak Azaria okouran konsènan bagay sila a,
DAN 2:18 pou yo ta kapab fè yon demann mizerikòd a Bondye syèl la konsènan mistè sa a, pou Daniel ak zanmi li yo pa ta vin detwi ak lòt nan mesye saj a Babylone yo.
DAN 2:19 Konsa, mistè a te revele a Daniel nan yon vizyon lannwit la.
DAN 2:20 Daniel te di: “Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan, paske sajès ak pouvwa se pou Li.
DAN 2:21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo. Li retire wa e Li etabli wa. Li bay sajès a moun saj yo, e konesans a moun ki gen bon konprann.
DAN 2:22 Se Li menm ki revele sekrè pwofon yo. Li fè parèt sa ki nan tenèb yo, e se limyè a ki rete avè L.
DAN 2:23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo, mwen remèsye Ou. Mwen bay Ou lwanj, paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa. Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa ke nou te mande Ou a, Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”
DAN 2:24 Akoz sa, Daniel te antre kote Ajoc, ke wa a te chwazi pou detwi mesye saj a Babylone yo. Li te antre e te pale avè l konsa: “Pa detwi mesye saj a Babylone yo! Pran m antre nan prezans a wa a, e mwen va deklare entèpretasyon an bay wa a.”
DAN 2:25 Konsa, Ajoc te mennen Daniel byen vit devan prezans a wa a, e li te pale avèk li konsa: “Mwen te twouve yon nonm pami egzile Juda yo ki kapab fè wa a konnen entèpretasyon an.”
DAN 2:26 Wa a te di a Daniel, ki te rele Beltschatsar: “Èske ou kapab fè m konnen rèv ke m te fè a, ak entèpretasyon li an?”
DAN 2:27 Daniel te reponn devan wa a. Li te di: “Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a.
DAN 2:28 Men gen yon Bondye nan syèl la ki devwale mistè yo, e Li te fè konnen a Wa Nebucadnetsar sa ki va rive nan dènye jou yo. Men rèv ak vizyon nan tèt ou yo sou kabann ou an, se konsa:
DAN 2:29 “Konsènan ou menm, o wa, pandan sou kabann ou an, refleksyon ou te vire vè sa ki ta vin rive nan tan ki gen pou vini yo. Epi Sila ki fè revelasyon mistè yo te fè ou konnen sa k ap vini yo.
DAN 2:30 Men selon mwen menm, mistè sa a pa t revele a mwen menm akoz sajès ki plis pase tout lòt moun k ap viv yo, men pou bi ke entèpretasyon an ta kapab vin konnen a wa a, e ke ou ta ka konprann refleksyon a panse ou yo.
DAN 2:31 “Ou menm, O wa, ou t ap gade e vwala, te gen yon sèl gwo estati. Estati sa a, ki te byen laj e tèlman bèl, te kanpe devan ou e aparans li te etonan.
DAN 2:32 Tèt estati a an lò fen, lestomak ak bra li an ajan, vant li ak kwis li an bwonz,
DAN 2:33 janm li an fè, pye li, yon pati an fè e yon pati an ajil.
DAN 2:34 Ou te kontinye gade, jiskaske yon pyè wòch te taye san men moun, e li ta frape estati a sou pye li ki fèt an fè ak ajil la e li te kraze yo an mòso.
DAN 2:35 Epi fè a, ajil la, bronz ak ajan an te vin kraze nan menm moman an e te vin tankou pay ki sòti sou glasi vannen nan gran sezon. Konsa, van te pote yo ale jiskaske yo pa t menm jwenn tras yo. Men wòch ki te frape estati a te vin fè yon gwo mòn, e te ranpli tout latè.
DAN 2:36 “Se sa ki te rèv la. Konsa, nou va bay lentèpretasyon li devan wa a.
DAN 2:37 Ou menm, O wa, ou se wadèwa yo, a sila Bondye syèl la te bay wayòm nan, pouvwa, pwisans ak glwa a.
DAN 2:38 Epi nenpòt kote fis a lòm yo rete, oswa bèt nan chan yo, oswa zwazo syèl yo, Li te bay yo nan men ou, e Li te fè ou chèf sou yo. Ou se tèt an lò a.
DAN 2:39 “Apre ou, va leve yon lòt wayòm ki enferyè a ou menm e yon lòt twazyèm ak bwonz, ki va renye sou tout latè.
DAN 2:40 Epi va gen yon katriyèm wayòm ak fòs tankou fè. Menm jan ke fè a kraze e fann tout bagay yo, konsa, tankou fè ki kraze vin fè anpil mòso yo, li va vin kraze e fann tout sila yo an mòso.
DAN 2:41 Nan sila ou te wè pye ak dwèt pye yo, yon pati an fè ak yon pati an ajil la, li va yon wayòm divize. Men li va genyen nan li kapasite pou vin di kon fè, jan ou te wè fè a mele ak ajil la.
DAN 2:42 Dwèt pye li yo te mele fè ak kanari; konsa, yon pati nan wayòm nan va fò e yon pati va frajil.
DAN 2:43 Epi jan ou te wè fè a mele ak ajil òdinè a, yo va vin mele youn ak lòt nan jèm a lòm; men yo p ap kole byen youn ak lòt, menm jan fè a pa mele ak kanari.
DAN 2:44 “Nan jou a wa sila yo, Bondye syèl yo va etabli yon wayòm ki p ap janm detwi, e wayòm sa a p ap lese pou yon lòt pèp. Li va kraze e mete fen a tout wayòm sila yo, men li va, li menm dire pou tout tan.
DAN 2:45 Jan ou te wè ke yon wòch te taye sòti sou yon mòn san sèvi ak men moun e ke li te kraze fè a, bwonz lan, ajil la, ajan an, ak lò a gran Bondye a te fè konnen a wa a sa ki va rive nan tan k ap vini an. Donk, rèv la vre e entèpretasyon li fèt ak fidelite.”
DAN 2:46 Konsa, Wa Nebucadnetsar te tonbe sou figi li. Li te rann omaj a Daniel e li te pase lòd pou prezante li ak yon ofrann ak lansan ki santi bon.
DAN 2:47 Wa a te reponn Daniel. Li te di: “Anverite, Bondye ou a se yon Dye a tout dye yo, yon Senyè a wa yo, e youn ki devwale mistè yo; paske ou te vin gen kapasite pou revele mistè sila a.”
DAN 2:48 Konsa, wa a te Leve Daniel, te bay li anpil gwo kado. Li te fè li chèf sou tout pwovens a Babylone yo, e li te vin chèf an tèt a tout mesye saj a Babylone yo.
DAN 2:49 Daniel te fè yon demann a wa a, e wa a te chwazi Schadrac, Méschac ak Abed-Nego sou tout afè yo nan pwovens Babylone, men se te Daniel ki te rete nan pòtay a wa a.
DAN 3:1 Wa Nebucadnetsar te fè yon estati fèt an lò ak yon imaj lò, wotè a sila a te swasant koude e lajè li sis koude. Li te fè l monte sou plèn Dura nan pwovens a Babylone.
DAN 3:2 Epi Nebucadnetsar, wa a, te voye rasanble tout satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, tout majistra ak chèf an pwovens yo pou vini nan seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.
DAN 3:3 Konsa, satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, majistra yo ak tout chèf an pwovens yo te rasanble pou seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a; epi yo te kanpe devan imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a.
DAN 3:4 Moun ki konn fè piblikasyon pou wa a te pwoklame byen fò: “A nou menm, lòd la bay O pèp yo, nasyon yo ak tout lang yo,
DAN 3:5 ke nan moman ke nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, nou va pwostène nou pou adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.
DAN 3:6 Men, nenpòt moun ki pa pwostène pou adore va, lapoula, vin jete nan yon founo dife byen cho.”
DAN 3:7 Pou sa, lè tout pèp yo te tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, tout pèp yo, nasyon yo ak langaj yo te pwostène e te adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.
DAN 3:8 Pou rezon sa a, nan lè sa a, kèk Kaldeyen te vin parèt pou fè pwosè kont Jwif yo.
DAN 3:9 Yo te pale e te di a Nebucadnetsar, wa a: “O wa, viv jis pou tout tan!
DAN 3:10 Ou menm, O wa, ou te fè yon dekrè ke tout moun ki tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, yo va pwostène pou adore imaj an lò a.
DAN 3:11 Men nenpòt moun ki pa pwostène, va jete nan mitan a yon founo dife byen cho.
DAN 3:12 Genyen sèten Jwif ke ou te chwazi sou administrasyon pwovens Babylone nan, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Mesye sila yo, O wa, pa t okipe ou. Yo pa sèvi dye pa ou yo, ni adore imaj an lò ke ou te fè monte a.”
DAN 3:13 Epi Nebucadnetsar byen anraje ak kòlè te pase lòd pou mennen Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Epi mesye sila yo te mennen devan wa a.
DAN 3:14 Nebucadnetsar te reponn e te di yo: “Èske se vrè, Schadrac, Méschac ak abed-Nego, ke nou pa sèvi dye mwen yo, ni adore imaj an lò ke mwen te fè monte a?
DAN 3:15 Alò, si nou pare, nan moman nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, pou nou pwostène e adore imaj ke mwen te fè a, se byen. Men, si nou pa adore, nou va byen vit jete nan yon founo dife byen cho. Epi ki dye ki genyen ki kapab delivre nou sòti nan men mwen?”
DAN 3:16 Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te reponn a wa a: “O Nebucadnetsar, nou pa oblije bay ou yon repons a kesyon sa a.
DAN 3:17 Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa.
DAN 3:18 Men menm si li pa fè sa, kite sa vin konnen a ou menm, O wa, ke nou p ap sèvi dye pa ou yo ni adore imaj fèt an lò ke ou te fè monte a.”
DAN 3:19 Konsa, Nebucadnetsar te ranpli ak chalè kòlè e figi li te vin move kont Schadrac Méschac ak Abed-Nego. Li te reponn ak bay lòd pou monte chalè founo a sèt fwa plis ke li te konn brile a.
DAN 3:20 Li te kòmande sèten gèrye vanyan ki te nan lame li a pou mare Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, pou yo ta jete yo nan founo dife byen cho a.
DAN 3:21 Alò, mesye sila yo te mare nèt ak pantalon yo, mayo yo, kas yo, ak tout lòt rad pa yo, e yo te jete nan mitan founo dife byen cho a.
DAN 3:22 Pou rezon sa a, akoz lòd a wa te byen ijan e founo a te vin tèlman cho, flanm dife a te touye mesye ki te pote, fè monte, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego yo.
DAN 3:23 Men twa mesye sila yo, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te tonbe nan mitan founo dife byen cho a toujou mare.
DAN 3:24 Epi Nebucadnetsar, wa a, te vin etone e te kanpe vit. Li te di a wo ofisye li yo: “Se pa twa mesye nou te voye jete tou mare nan mitan dife a?” Yo te reponn a wa a: “Byen si, O wa.”
DAN 3:25 Li te di: “Gade! Mwen wè kat mesye lage k ap mache toupatou nan mitan dife a san yo pa gen anyen e aparans a katriyèm nan se tankou yon fis a dye yo!”
DAN 3:26 Epi Nebucadnetsar te vin toupre pòt founo dife byen cho a. Li te pale e te di: “Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, vini deyò, sèvitè a Bondye Pi Wo a, e vini isit!” Konsa, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te sòti nan mitan dife a.
DAN 3:27 Satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, ak wo ofisye a wa yo te reyini antoure yo. Yo te wè ke dife a pa t fè okenn efè sou kò a mesye sila yo. Ni menm cheve yo pa t brile, pantalon pa yo pa t abime, ni sant dife a pa t rive sou yo.
DAN 3:28 Nebucadnetsar te pale. Li te di: “Beni se Bondye a Schadrac, Méschac ak Abed-Nego a, ki te voye zanj Li pou te delivre sèvitè Li yo ki te mete konfyans yo nan Li, ki te chanje lòd a wa a e ki te sede bay kò yo pou yo pa ta sèvi ni adore okenn lòt dye sof ke Bondye pa yo a.
DAN 3:29 Konsa, mwen fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”
DAN 3:30 Answit, wa a te fè Schadrac, Méschac ak Abed-Nego vin pwospere nan pwovens Babylone nan.
DAN 4:1 Nebucadnetsar, wa a a tout pèp yo, nasyon ak lang, ki rete sou tout tè a: “Ke lapè nou kapab vin anpil!
DAN 4:2 Li te sanble bon pou mwen deklare sign ak mèvèy ke Bondye Pi Wo a te fè pou mwen yo.
DAN 4:3 A la gran, sign Li yo gran! A la pwisan, mèvèy Li yo pwisan! Wayòm Li se yon wayòm k ap dire jis pou tout tan, epi dominasyon li de jenerasyon an jenerasyon.
DAN 4:4 Mwen, Nebucadnetsar, mwen te alèz nan lakay mwen e mwen t ap pwospere nan palè mwen an.
DAN 4:5 Mwen te fè yon rèv e li te fè m gen gwo laperèz; epi refleksyon sila yo sou kabann mwen ak vizyon yo nan panse m te fè m gen gwo laperèz.
DAN 4:6 Konsa, mwen te pase lòd pou fè mennen devan prezans mwen tout mesye saj Babylone yo, pou yo ta ka fè m konnen entèpretasyon a rèv la.
DAN 4:7 Epi majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen yo ak divinò yo te antre e mwen te pale yo rèv la, men yo pa t ka fè m konnen entèpretasyon li.
DAN 4:8 Men finalman, Daniel te antre devan m, ke non li te Beltschatsar, selon non dye pa mwen an e nan sila lespri a dye sen yo ye a. Mwen te pale rèv la a li menm, e te di:
DAN 4:9 O Beltschatsar, chèf majisyen yo, akoz mwen konnen ke lespri a dye sen yo nan ou e nanpwen mistè ki difisil pou ou fè m konnen vizyon a rèv mwen ke m te fè yo, ansanm ak entèpretasyon li.
DAN 4:10 Alò, men vizyon ki te nan tèt mwen pandan mwen kouche sou kabann mwen an: Mwen t ap gade e vwala, yon bwa nan mitan tè a, e wotè l te byen gran.
DAN 4:11 Bwa a te grandi byen gwo, e li te vin fò epi wotè l te rive jis nan syèl la. Li te vizib jis rive nan dènye pwent a tout tè a.
DAN 4:12 Fèy li te byen bèl, fwi li te anpil e nan li, te gen manje pou tout moun. Bèt chan yo te jwenn lonbraj anba li, epi zwazo nan syèl yo te rete sou branch li, epi tout kreyati vivan yo te jwenn manje yo ladann.
DAN 4:13 Mwen t ap gade vizyon yo nan panse m, sou kabann mwen an, epi vwala youn ki sen k ap veye te desann soti nan syèl la.
DAN 4:14 Li te kriye fò e te pale konsa: Koupe bwa a, e retire branch li yo! Retire tout fèy li, e gaye fwi li yo! Kite bèt yo ale soti anba l ak zwazo yo soti sou branch li.
DAN 4:15 Sepandan kite chouk la rete anrasine nan tè a, menm avèk yon bann an fè ak bwonz k ap ansèkle l nan zèb nèf chan an. Kite moun sa a tranpe ak lawouze syèl la. Kite li pataje zèb la avèk bèt chan latè yo.
DAN 4:16 Kite kè li vin chanje pou l pa kè moun ankò, men ke kè a yon bèt vin bay a li menm. Konsa, kite sèt epòk vin pase sou li.
DAN 4:17 Dekrèt sa a se dekrè a sila ki t ap veye yo, epi desizyon sa a se yon lòd a sila ki sen yo, pou tout sila k ap viv yo kapab konnen, ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, epi Li va bay li a nenpòt moun Li pito, epi Li va ranje bay li sou moun ki pi ba yo.
DAN 4:18 Sa se rèv ke mwen menm, Nebucadnetsar, te fè. Alò, ou menm, Beltschatsar, ou fè m konnen entèpretasyon li, kòmsi nanpwen lòt moun pami mesye saj wayòm mwen yo ki kapab fè m konnen entèpretasyon an. Men ou menm, ou kapab, paske lespri a dye sen yo nan ou.”
DAN 4:19 Konsa Daniel, ki rele Beltschatsar, te vin bèbè pandan yon ti tan e refleksyon li yo te fè l pè. Wa a te reponn e te di: “Beltschatsar, pa kite rèv la, ni entèpretasyon li twouble ou.” Beltschatsar te reponn: “Senyè mwen, pito ke rèv la te apatyen a sila ki rayi ou yo, e entèpretasyon li a lènmi ou yo!
DAN 4:20 Pyebwa ke ou te wè a, ki te vin gran, e te vin fò a, wotè a sila ki te rive jis nan syèl la, e te vizib a tout tè a;
DAN 4:21 epi fèy a sila ki te bèl, fwi anpil la, pyebwa nan sila te gen manje pou tout moun nan, pyebwa anba sila bèt chan yo te viv la, e sou branch a sila zwazo syèl yo te vin poze a—
DAN 4:22 se ou menm, O wa! Paske ou te vin gran, e ou te vin fò; epi majeste ou te vin gran rive jis nan syèl la, e dominasyon ou jis rive nan dènye pwent latè.
DAN 4:23 “Epi tandiske wa a te wè youn ki t ap veye, youn ki sen, ki t ap desann kite syèl la, e ki t ap di: ‘Koupe bwa a e detwi li; sepandan, kite chouk la ak rasin li nan tè a, menm avèk yon bann fè ak bwonz k ap ansèkle li nan zèb nèf nan chan an, kite li menm moun nan tranpe ak lawouze syèl la, e kite li pataje li ak bèt chan yo jiskaske sèt epòk vin pase sou li,’
DAN 4:24 “Sa se entèpretasyon an, O wa, e sa se dekrè a Pi Wo a ki te vin rive sou senyè mwen an, wa a:
DAN 4:25 Ke ou va chase ale lwen de moun, ou va rete ak bèt chan, yo va fè ou manje zèb tankou bèf, e ou va tranpe ak lawouze syèl la. Epi sèt epòk va vin pase sou ou jiskaske ou vin rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e Li bay li a sila ke Li pito.
DAN 4:26 Epi, tandiske li te kòmande pou kite chouk la, ak rasin pyebwa a, wayòm ou an va asire apre ou vin rekonèt ke se syèl la ki renye.
DAN 4:27 Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”
DAN 4:28 Tout sa te vin rive a Nebucadnetsar, wa a.
DAN 4:29 Douz mwa pita, li t ap mache sou twati palè wa a Babylone.
DAN 4:30 Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”
DAN 4:31 Pandan pawòl sa te toujou nan bouch a wa a, yon vwa te sòti nan syèl la e te di: “Wa Nebucadnetsar, a ou menm sa deklare; ‘Wayòm nan rache soti nan men ou.
DAN 4:32 Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”
DAN 4:33 Lapoula, pawòl konsènan Nebucadnetsar a te vin akonpli. Li te chase ale lwen de moun, li te kòmanse manje zèb tankou bèf, kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske cheve li te vin gran kon plim a yon èg, e zong li kon zong a yon zwazo.
DAN 4:34 Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an; Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.
DAN 4:35 Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen, men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la e pami sila ki rete sou latè yo; epi nanpwen moun ki ka evite men Li, ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”
DAN 4:36 Nan lè sa a bon konprann mwen te retounen sou mwen. Epi majeste ak mayifisans mwen te restore a mwen menm pou glwa a wayòm mwen an. Konsa, konseye mwen yo ak prens mwen yo te kòmanse chache twouve mwen. Mwen te retabli nan wayòm mwen, e pi bon pi gwo pwisans te vin ogmante sou mwen.
DAN 4:37 Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.
DAN 5:1 Belschatsar, wa a te fè yon gran fèt pou yon milye nan gwo chèf li yo, e li t ap bwè diven nan prezans a milye a gwo chèf yo.
DAN 5:2 Lè Belschatsar te goute diven an, li te pase lòd pou pote veso fèt an lò ak ajan ke Nebucadnetsar, papa li, te retire nan tanp ki te Jérusalem yo, pou wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo ta kapab bwè nan yo.
DAN 5:3 Konsa, yo te mennen veso fèt an lò ki te sòti nan tanp lan, lakay Bondye ki te Jérusalem nan. Epi wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo te bwè nan yo.
DAN 5:4 Yo te bwè diven an e te louwe dye a lò, ak ajan, bwonz, fè, bwa ak wòch yo.
DAN 5:5 Sibitman, men a yon moun te vin parèt. Li te kòmanse ekri anfas chandelye sou randisaj miray palè a Wa a, e wa a te wè pati nan men ki t ap ekri a.
DAN 5:6 Konsa, figi a wa a te vin blanchi, refleksyon li yo te fè l gen gwo laperèz; jwen ren li te vin pèdi fòs e jenou li te kòmanse souke jiskaske youn t ap frape kont lòt.
DAN 5:7 Wa a te rele byen fò pou yo mennen mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo. Wa a te pale e te di a mesye saj Babylone yo: “Nenpòt moun ki ka li enskripsyon sa a e eksplike entèpretasyon li, li va abiye an mov, resevwa yon kolye an lò nan kou li, e vin jwenn pozisyon kon twazyèm chèf nan peyi a.”
DAN 5:8 Alò, tout moun nan mesye saj a wa yo te antre, men yo pa t ka li enskripsyon an ni fè wa a konnen sa li vle di.
DAN 5:9 Epi wa Belschatsar te plen ak gwo laperèz, figi li te vin pi pal e prens li yo te vin twouble.
DAN 5:10 Rèn nan te antre nan kay bankè a akoz pawòl a wa a ak prens li yo. Rèn nan te pale e te di: “O wa, viv jis pou tout tan! Pa kite refleksyon ou yo fè ou pè, ni figi ou vin pal.
DAN 5:11 Gen yon nonm nan wayòm ou a, nan li menm twouve lespri a dye sen yo; epi nan jou a papa ou yo, limyè, bon konprann, ak sajès tankou sajès a dye yo te twouve nan li. Epi Wa Nebucadnetsar, papa ou, Wa a, te chwazi li chèf sou majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo.
DAN 5:12 Se te akoz yon lespri ekstrawòdinè, konesans, bon konprann, entèpretasyon a rèv yo, eksplikasyon a fraz ki nwa ak kapasite pou rezoud pwoblèm difisil. Tout sa te twouve nan Daniel sila a, ke wa a te rele Beltschatsar. Kounye a, kite yo rele Daniel e li va fè deklarasyon a entèpretasyon an.”
DAN 5:13 Konsa, Daniel te mennen devan wa a. Wa a te pale e te di a Daniel: “Èske ou se menm Daniel ki te youn nan egzile a Juda yo, ke papa mwen, wa a, te mennen soti Juda a?
DAN 5:14 Alò, mwen te tande de ou menm, ke lespri a dye yo nan ou, ke konesans, bon konprann ak sajès ki depase tout moun twouve nan ou.
DAN 5:15 Epi koulye a, mesye saj yo, mèt zetwal yo te mennen devan m pou yo ta ka li enskripsyon sa a e fè entèpretasyon an vin konnen a mwen menm, men yo pa t ka deklare entèpretasyon a mesaj la.
DAN 5:16 Men mwen te tande konsènan ou menm, ke ou kapab bay entèpretasyon, e rezoud pwoblèm difisil. Alò, si ou kapab li enskripsyon an, e fè mwen konnen entèpretasyon an, ou va abiye an mov, pote yon kolye an lò nan kou ou e ou va gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.”
DAN 5:17 Daniel te reponn e te di devan wa a: “Kenbe kado ou yo pou ou menm, oswa bay rekonpans ou yo a yon lòt moun. Sepandan, mwen va li enskripsyon an pou wa a, e fè l konnen lentèpretasyon an.
DAN 5:18 “O wa, Bondye Pi Wo a te bay souverènte, grandè ak glwa a Nebucadnetsar, papa ou.
DAN 5:19 Akoz grandè ke Li te bay li a, tout pèp yo, nasyon ak lang yo te gen lakrent li, e te tranble devan l. Nenpòt moun li te pito, li te touye l, e nenpòt moun li te pito, li te lese l viv. Epi nenpòt moun li te pito, li te leve l e nenpòt moun li te pito, li te imilye l.
DAN 5:20 Men lè kè l te vin egzalte wo, lespri li te vin tèlman ògeye, ke li te aji ak awogans, li te depoze de twòn wayal li a, e glwa li a te rache soti nan men l.
DAN 5:21 Anplis, li te chase lwen de lòm, kè l te vin transfòme kon kè a bèt, e li te vin rete ak bourik mawon. Yo te fè li manje zèb kon bèf, e kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske li te vin rekonèt Bondye Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e ke li mete chèf sou li sila ke Li pito.
DAN 5:22 “Malgre sa, ou menm, fis li a, Belschatsar pa t imilye kè ou, malgre ou te konnen tout sa,
DAN 5:23 men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa.
DAN 5:24 Konsa, men an te voye devan l, e sa se enskripsyon ki te byen ekri a.
DAN 5:25 “Alò, sa se enskripsyon ki te byen ekri a: ‘MENE, MENE, TEKEL, UPHARSIN.’
DAN 5:26 “Sa se entèpretasyon a mesaj la: ‘MENE’—Bondye te konte wayòm ou an e te mete fen a li.
DAN 5:27 ‘TEKEL’—ou te peze sou balans e ou te manke.
DAN 5:28 ‘PERES’—wayòm ou an vin divize, e li va bay a moun Mèd ak Pès yo.”
DAN 5:29 Konsa, Belschatsar te pase lòd pou yo te abiye Daniel an mov, e mete yon kolye an lò nan kou li. Li te pibliye yon dekrè selon li ke Daniel te gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.
DAN 5:30 Menm nwit sa a, Belschatsar, wa Kaldeyen an te touye.
DAN 5:31 Konsa Darius, Mèd la, te resevwa wayòm nan ak anviwon laj swasann-de lane.
DAN 6:1 Li te fè Darius plezi pou chwazi san-ven satrap sou wayòm nan, pou yo ta kapab pran chaj a tout wayòm nan.
DAN 6:2 Epi sou yo menm, twa chèf. Youn nan chèf sila yo se te Daniel. Satrap sila yo ta dwe responsab bay kont sou yo menm, pou wa a pa ta soufri okenn pèt.
DAN 6:3 Daniel te kòmanse distenge li menm pami chèf ak satrap yo akoz li te posede yon lespri ekstrawòdinè, e wa a te fè plan pou plase li sou tout wayòm nan.
DAN 6:4 Konsa, chèf ak satrap yo te kòmanse chache pou twouve yon koz akizasyon kont Daniel nan zafè wayòm nan; men yo pa t ka jwenn okenn baz pou akize l, ni okenn koripsyon, akoz li te fidèl. Okenn neglijans ni koripsyon pa t ka twouve nan li.
DAN 6:5 Epi mesye sila yo te di: “Nou p ap jwenn okenn mwayen pou fè akizasyon kont Daniel eksepte nou jwenn sa kont li konsènan lalwa Bondye li a.”
DAN 6:6 Alò, chèf sila yo ak satrap yo te antann yo pou te parèt devan wa a, e te pale avèk li konsa: “Wa Darius, viv jis pou tout tan!
DAN 6:7 Tout chèf wayòm ak prefè yo, satrap yo, wo ofisyèl ak gouvènè yo te fè konsiltasyon ansanm pou wa a ta etabli yon estati e fè yon dekrè pou nenpòt moun ki ta fè yon priyè a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm pandan trant jou, o wa, dwe jete nan fòs lyon an.
DAN 6:8 Alò, O wa, fè dekrè a e siyen dokiman pou l pa ka chanje selon lalwa Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje.”
DAN 6:9 Konsa Darius, wa a, te siyen dokiman an, ak dekrè a.
DAN 6:10 Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te konn fè oparavan an.
DAN 6:11 Alò, mesye sila yo te reyini ansanm e yo te vin jwenn Daniel ki t ap fè petisyon ak siplikasyon li devan Bondye li a.
DAN 6:12 Konsa, yo te pwoche pou te pale devan wa a konsènan dekrè a: “Èske ou pa t siyen yon dekrè ke yon moun ki ta fè petisyon a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm, O wa, pandan trant jou, ta vin jete nan fòs lyon an?” Wa a te reponn: “Pawòl sa a se verite, selon Lalwa a Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje menm.”
DAN 6:13 Epi yo te reponn, e te pale devan wa a: “Daniel, ki se youn nan egzile ki soti Juda yo pa okipe ou, O wa, ni dekrè ke ou te siyen an, men kontinye fè petisyon li yo twa fwa pa jou.”
DAN 6:14 Alò, depi wa a te fin tande pawòl sa a, li te vin byen twouble e te dirije panse li sou mwayen pou delivre Daniel. Epi jiskaske solèy fin kouche, li te kontinye fè efò pou l ta ka sove li.
DAN 6:15 Alò, mesye sila yo te rasanble ansanm devan wa a. Yo te di wa a: “Byen konprann, O wa, ke sa se yon lwa a Mèd ak Pès yo, ke okenn pwosè legal, ni dekrè ke wa a ta etabli, pa kapab chanje.”
DAN 6:16 Konsa, wa a te pase lòd pou mennen Daniel jete nan fos lyon an. Wa a te pale. Li te di a Daniel: “Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a, va Li menm, delivre ou.”
DAN 6:17 Yon wòch te mennen pou te plase sou bouch a fòs la, epi wa a te sele li ak pwòp bag so li a, e ak bag so a prens li yo, pou anyen pa ta chanje konsènan Daniel.
DAN 6:18 Konsa, wa a te ale nan palè li e te pase nwit lan nan fè jèn. Pa t gen okenn enstriman mizik ki te pote devan l, epi somèy te kite l.
DAN 6:19 Alò, wa a te leve avan solèy la, lè bajou fenk kase, e li te fè vit ale nan fòs lyon an.
DAN 6:20 Lè li te vin pre fòs kote Daniel la, li te kriye fò ak yon vwa byen twouble. Wa a te pale e te di a Daniel: “Daniel, sèvitè a Bondye vivan an, èske Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a te gen kapasite pou delivre ou de lyon yo?”
DAN 6:21 Konsa, Daniel te reponn a wa a: “O wa, viv jis pou tout tan!
DAN 6:22 Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”
DAN 6:23 Wa a te vrèman kontan e te pase lòd pou Daniel ta retire nan fòs la. Konsa, Daniel te vin retire nan fòs la e okenn blesi pa t menm twouve sou li, akoz li te mete konfyans nan Bondye li a.
DAN 6:24 Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.
DAN 6:25 Epi Darius, wa a te ekri a tout pèp yo, nasyon ak lang ki t ap viv nan tout peyi a: “Ke lapè ou kapab vin miltipliye!
DAN 6:26 Mwen fè yon dekrè ke nan tout dominasyon wayòm mwen an, pou tout moun gen pou gen lakrent e tranble devan Dye Daniel la; Paske Li se Bondye vivan an, ki dire jis pou tout tan an, epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap janm detwi. Règn li an va jis pou tout tan.
DAN 6:27 Li delivre e Li sove, Li fè sign ak mèvèy nan syèl la ak sou tè a. Li menm ki te delivre Daniel soti nan pouvwa a lyon yo.”
DAN 6:28 Konsa, Daniel sila a te vin pwospere pandan règn a Darius la, e pandan règn a Cyrus, Pès la.
DAN 7:1 Nan premye ane Belschatsar, wa Babylone nan, Daniel te fè yon rèv ak vizyon nan panse li, sou kabann li. Epi li te ekri rèv la e te rakonte bagay prensipal yo.
DAN 7:2 Daniel te di: “Mwen t ap gade nan vizyon mwen pandan nwit lan; epi vwala kat van syèl yo t ap boulvèse gwo lanmè a.
DAN 7:3 Epi kat gran bèt t ap monte soti nan lanmè a, youn pa t sanble lòt.
DAN 7:4 “Premye a te tankou yon lyon e li te gen zèl a èg. Mwen te gade jiskaske plim li yo te vin rache, epi li te leve kite tè a ,pou l te fèt vin kanpe sou de pye kon yon moun. Anplis, li te resevwa kè a yon moun.
DAN 7:5 “Konsa, vwala, yon lòt bèt, yon dezyèm, ki te sanble ak yon lous. Li te vin leve nan yon bò e twa zo kòt te nan bouch li nan dan li. Konsa, yo te di a li: ‘Leve, devore anpil vyann!’
DAN 7:6 “Apre sa, mwen te kontinye gade e vwala, yon lòt tankou yon leyopa, ki te gen sou do li kat zèl a yon zwazo. Bèt sa, anplis, te gen kat tèt, e dominasyon te vin bay a li menm.
DAN 7:7 “Apre sa, mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan e vwala, yon katriyèm bèt, byen tèrib, pwisan e fò depase. Li te gen gwo dan fèt an fè. Li te devore, kraze e foule tout sa ki te rete anba pye li. Li te diferan de tout lòt bèt ki te parèt avan li yo. Li te gen dis kòn.
DAN 7:8 “Pandan mwen t ap reflechi sou kòn yo, vwala yon lòt kòn, yon ti piti, te vin leve pami yo, e twa nan premye kòn yo te rache pa rasin yo. Epi vwala, kòn sila a te gen zye tankou zye a moun, e yon bouch ki te eksprime anpil bagay ak gwo awogans.
DAN 7:9 “Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase. Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita. Abiman Li te tankou lanèj blan, e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach. Twòn Li te briyan akoz flanm yo, e wou li yo te yon dife ki t ap brile.
DAN 7:10 Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L; Milye dè milye t ap okipe L. Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L. Jijman an te etabli. Liv yo te vin ouvri.
DAN 7:11 “Alò, mwen te kontinye gade, akoz son a pawòl awogan ke kòn nan t ap pale yo. Mwen te kontinye gade jiskaske bèt la te vin touye, kò l te detwi, e li te vin bay a dife ki t ap brile a.
DAN 7:12 Pou tout lòt bèt yo, dominasyon yo te vin retire, men yo te resevwa yon pwolongasyon lavi pandan yon sezon ak pandan yon tan.
DAN 7:13 “Mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan, epi vwala, la te vini ak nwaj syèl yo, yon moun tankou yon Fis a Lòm t ap vini; epi Li te vin parèt devan Ansyen A Jou Yo e te fè l vin prè.
DAN 7:14 A li menm, Li te bay dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.
DAN 7:15 “Pou mwen menm, Daniel, lespri mwen te twouble anndan mwen, e vizyon nan panse m yo te kontinye ban m gwo laperèz.
DAN 7:16 Mwen te pwoche youn nan sila ki te kanpe akote yo, e te kòmanse mande li kisa tout sa te vle di. “Konsa, li te eksplike mwen e te fè m konnen byen dirèk entèpretasyon a tout bagay sa yo.
DAN 7:17 ‘Gwo bèt sila yo, ki se kat yo, se kat wa ki va leve soti nan tè a.
DAN 7:18 Men sen a Sila Ki Pi Wo yo, va resevwa wayòm nan, e va posede wayòm nan jis pou tout tan, pou tout laj ki gen pou vini yo.’
DAN 7:19 “Epi mwen te dezire konnen kisa Katriyèm bèt la te sinyifi, ki pa t menm jan ak lòt bèt yo, te vrèman tèrib, ak dan li an fè, e grif li an bwonz, ki te devore, kraze e foule rès la anba pye li;
DAN 7:20 epi kisa dis kòn sou tèt li yo ak lòt kòn ki te vin leve a te sinyifi, e devan sila twa nan yo te tonbe a, menm kòn ki te gen zye ak bouch ki te pi dyanm nan aparans ke parèy li yo.
DAN 7:21 Mwen te kontinye gade; kòn sa a t ap fè lagè ak fidèl yo, e te enpoze li sou yo.
DAN 7:22 Jiskaske Ansyen A Jou Yo te vini, epi jijman an te fèt nan favè a sen a Sila Ki Pi Wo a e lè a te rive pou sen yo te pran posesyon a wayòm nan.
DAN 7:23 “Konsa, li te di: ‘Katriyèm bèt la va yon katriyèm wayòm sou latè, ki va apa de tout lòt wayòm yo. Li va devore tout latè, mache sou li e kraze li an mòso.
DAN 7:24 E pou dis kòn yo, sòti nan wayòm sa a, dis wa va leve. Konsa, yon lòt va leve apre yo, li p ap menm jan ak lòt ki te avan yo, e li va kraze twa wa yo.
DAN 7:25 Li va pale kont Pi Wo a, li va epwize sen a Sila Ki Pi Wo a, epi li va gen entansyon pou fè chanjman nan tan ak lwa yo. Yo va vin livre nan men li pandan yon tan ak tan yo, ak yon mwatye tan.
DAN 7:26 “‘Men jijman an va etabli. Dominasyon li an va rache, anile e detwi jis pou tout tan.
DAN 7:27 Epi wayòm a dominasyon an, ak grandè a tout wayòm yo anba tout syèl la va vin livre a pèp a sen a Pi Wo yo. Wayòm Li an, yon wayòm k ap dire jis pou tout tan e tout dominasyon yo va sèvi e obeyi Li.’
DAN 7:28 “Se konsa bagay la te fini. Pou mwen menm, Daniel, refleksyon mwen yo te twouble m anpil anpil, e figi m te vin pal; men mwen te kenbe bagay la nan kè m.”
DAN 8:1 Nan twazyèm ane règn a Belschatsar a, wa a, yon vizyon te parèt a mwen menm, Daniel, apre sa ki parèt a mwen an premye a.
DAN 8:2 Mwen te gade nan vizyon an e pandan mwen t ap gade a, mwen te nan Suse, palè ki nan pwovens Élam nan. Epi mwen te gade nan vizyon an, e mwen te bò Kanal Ulaï la.
DAN 8:3 Mwen te leve zye m pou te gade e vwala, yon belye ak de kòn ki te kanpe devan kanal la. Alò, de kòn yo te long, men youn te pi long ke lòt la, e se sa ki pi long lan ki te leve an dènye.
DAN 8:4 Mwen te wè belye a ki t ap frape tèt li vè lwès, vè nò e vè sid. Pa t gen bèt ki te ka kanpe devan l, ni pa t gen youn ki te kab delivre soti anba men li. Men li te fè sa li te pito, e te leve tèt li Wo.
DAN 8:5 Pandan mwen t ap gade a, vwala yon mal kabrit t ap vini soti nan lwès sou fas tout tè a, san touche tè a, e kabrit la te gen yon kòn parèt byen klè antre zye li.
DAN 8:6 Li te pwoche kote belye ki te gen de kòn nan, belye ke m te wè kanpe devan kanal la, e li te kouri fò sou li ak gwo chalè pwisans li.
DAN 8:7 Mwen te wè li vin bò kote belye a e li te anraje sou li. Epi li te frape belye a. Li te kraze de kòn li yo, e belye a pa t gen fòs pou reziste ak li. Konsa, li te voye l a tè, e te ponpe sou li. Pa t gen moun ki pou delivre belye a devan pouvwa li.
DAN 8:8 Epi kabrit mal la te agrandi pouvwa li anpil, anpil. Men depi li te vin pwisan an, pi gwo kòn nan te kase. Epi li te ranplase ak kat kòn, ki parèt byen klè, ki te sòti vè kat van syèl yo.
DAN 8:9 Youn nan kòn yo te parèt yon ti jan piti e li te grandi byen vit vè sid, vè lès e vè peyi laglwa a.
DAN 8:10 Li te grandi rive jis nan lame syèl la. Li te fè kèk nan lame a ak kèk nan zetwal yo tonbe atè, e li te ponpe sou yo.
DAN 8:11 Li te menm agrandi pwòp tèt li pou l ta ka egal ak Chèf Tèt lame syèl la. Konsa, li te retire nan men l sakrifis nòmal la, e plas sanktyè Li a te jete anba.
DAN 8:12 Epi akoz transgresyon, lame a va vin livre a kòn nan ansanm ak sakrifis nòmal la. Li te voye verite a jis atè, e sa te fè plezi, e li te pwospere.
DAN 8:13 Alò, mwen te tande sila ki sen an ap pale, e yon lòt ki sen te di a sila ki t ap pale a: “Pandan konbyen tan vizyon a sakrifis nòmal la va kontinye, pandan transgresyon an ap ravaje e kite ni sen lye an ansanm ak lame a vin foule anba pye?”
DAN 8:14 Li te di mwen: “Pandan de-mil-twa-san swa ak maten. Epi alò, sen lye a va vin pwòp ankò.”
DAN 8:15 Lè mwen menm, Daniel, te fè vizyon an, mwen te chache konprann li. Epi gade byen, kanpe devan mwen se te yon bagay ki te sanble ak yon moun.
DAN 8:16 Mwen te tande vwa a yon moun antre de rebò kanal Ulaï la. Li te rele fò e li te di: “Gabriel, fè nonm sa a konprann vizyon an.”
DAN 8:17 Konsa, li te vin toupre kote mwen te kanpe a. Lè l te parèt, mwen te gen gwo laperèz, e mwen te tonbe sou figi m. Men li te di mwen: “Fis a lòm, konprann vizyon an; paske vizyon an apatyen a bagay a dènye tan yo.”
DAN 8:18 Alò, pandan li t ap pale avè m, Mwen te tonbe nan yon pwofon somèy, ak figi m atè, men li te touche mwen, e te fè m kanpe dwat.
DAN 8:19 Li te di: “Gade byen, mwen va fè ou konnen sa k ap vin rive nan dènye epòk gwo kòlè a, paske li apatyen a moman ki chwazi pou lafen an.
DAN 8:20 Belye ke ou te wè ak de kòn yo reprezante wa a Mèdes ak Perse yo.
DAN 8:21 Epi kabrit la se wayòm a Grèce la, e gran kòn antre zye li yo, se premye wa a.
DAN 8:22 Kòn ki te kase a ak kat kòn ki te leve nan plas li a se kat wayòm ki va leve sòti nan nasyon sa a, malgre se pa avèk pouvwa li.
DAN 8:23 “Epi nan dènye pati wayòm yo a, lè transgresè yo fin fè tout transgresyon yo, yon wa ki ensolan, e ki plen devinèt koken, va leve.
DAN 8:24 Pouvwa li a va trè pwisan, men se p ap pwòp pouvwa li. Konsa, li va detwi anpil ak gran pwisans. Li va gen gran siksè, e li va fè sa li pito. Li va detwi mesye pwisan ak moun ki sen yo.
DAN 8:25 Atravè manèv li yo, se ak riz k ap avanse nan men li. Konsa, li va leve tèt li wo nan kè l, epi li va detwi anpil moun pandan yo ansekirite. Anplis, li va kanpe kont Prens dè prens yo, men li va vin kraze san èd moun.
DAN 8:26 “Vizyon sila a, aswè ak maten ki te pale a, se verite. Men sele vizyon an, pou l pa pale menm, paske li apatyen a anpil jou ki gen pou vini.”
DAN 8:27 Konsa, mwen menm, Daniel, te vin malad pandan plizyè jou. Lè m te leve ankò, mwen te kontinye fè zafè a wa a. Mwen te etone de vizyon an e mwen pa t gen moun ki te konprann li.
DAN 9:1 Nan premye ane Darius, fis a Assuérus, Mèd la, ki te vin wa sou wayòm a Kaldeyen yo—
DAN 9:2 nan premye ane a règn pa li a, mwen menm, Daniel, mwen te konprann selon liv yo, nonb dèzane selon pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie, pwofèt la, pou ta fè akonplisman dezolasyon a Jérusalem yo, menm swasann-dis ane yo.
DAN 9:3 Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.
DAN 9:4 Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di: “O SENYÈ, Gran Bondye ki etonan la, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo,
DAN 9:5 nou te peche; nou te komèt inikite. Nou te aji ak mechanste e nou te fè rebèl, jiskaske nou vire kite kòmandman Ou yo ak règleman Ou yo.
DAN 9:6 Anplis, nou pa t koute sèvitè Ou yo, pwofèt yo, ki te pale nan non Ou, a wa nou yo, prens nou yo, papa zansèt nou yo, ak tout moun peyi a.
DAN 9:7 Ladwati apatyen a Ou menm, O Senyè! Men a nou menm, gwo wont parèt byen klè, jan li ye jis rive nan jou sa a; a moun Juda yo, sila k ap viv Jérusalem, ak tout Israël yo, sila ki rete pre ak sila ki lwen, nan tout peyi kote Ou te chase yo ale akoz zak enfidèl ke yo te komèt kont Ou yo.
DAN 9:8 O Senyè, gwo wont ak twoub byen klè se akoz nou, ak wa nou yo, prens nou yo, ak papa zansèt nou yo, akoz yo te peche kont Ou.
DAN 9:9 A Senyè Bondye nou an, se Mizerikòd ak padon akoz nou te fè rebèl kont Li.
DAN 9:10 Ni nou pa t obeyi vwa SENYÈ Bondye nou an, pou mache nan enstriksyon ke Li te mete devan nou pa sèvitè Li yo, pwofèt yo.
DAN 9:11 Anverite tout Israël te transgrese lalwa Ou a, te vire akote e pa t obeyi vwa Ou. Konsa, malediksyon te vide sou nou, ansanm ak sèman ki ekri nan lalwa Moïse, sèvitè Bondye a, paske nou te peche kont Li.
DAN 9:12 Li te konfime pawòl ke Li te pale kont nou, e kont chèf ki te gouvène nou yo, pou fè vini sou nou yon gwo malè. Paske anba tout syèl la, pa t janm gen okenn bagay ki te fèt tankou sa ki te fèt Jérusalem nan.
DAN 9:13 Jan sa ekri nan lalwa Moïse la, tout malè sa a te vini sou nou. Malgre sa, nou pa t chache gras a SENYÈ a, Bondye nou an, ak desizyon pou vire kite inikite nou, e vin okipe nou de verite pa Ou a.
DAN 9:14 Akoz sa, SENYÈ a te kenbe malè nan men l, e te pote li sou nou. Paske, SENYÈ a, Bondye nou an, dwat nan tout zèv ke Li fè yo, men nou pa t obeyi vwa li.
DAN 9:15 Konsa, Senyè, Bondye nou an, ki te mennen pèp Ou a sòti nan peyi Egypte la ak yon men pwisan, e te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye nan jou sa a, nou te peche. Nou te fè mechanste.
DAN 9:16 O Senyè, an akò ak tout zak ladwati Ou yo, kite gwo kòlè ak mekontantman Ou vire kite vil Ou a, Jérusalem, mòn sen Ou an. Paske, akoz peche nou yo ak inikite a papa zansèt nou yo, Jérusalem ak pèp Ou a te vin yon repwòch pou tout sila ki antoure nou yo.
DAN 9:17 Pou sa, koulye a, Bondye nou an, koute lapriyè a sèvitè Ou a, ak siplikasyon li yo, e pou koz a Ou menm, O Senyè, kite fas ou briye sou sanktyè dezole Ou a.
DAN 9:18 O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou.
DAN 9:19 O Senyè, koute! O Senyè, padone! O Senyè, tande e aji! Pou koz pa Ou, O Bondye mwen an, pa fè reta. Paske vil Ou a, ak pèp Ou a rele pa non Ou.”
DAN 9:20 Alò, pandan mwen t ap pale, e fè priyè a, pou m konfese peche m yo, ak peche a pèp mwen an, Israël, ak prezante siplikasyon mwen yo devan SENYÈ Bondye mwen an, pou mòn sen a Bondye mwen an—
DAN 9:21 pandan mwen te toujou ap pale nan lapriyè a— alò, nonm nan Gabriel, ke m te wè nan vizyon oparavan an, te vole rive byen vit kote mwen, e te touche mwen vè lè pou ofrann nan aswè a.
DAN 9:22 Li te ban mwen enstriksyon. Li te pale ak mwen e te di: “O Daniel, koulye a, mwen vin parèt pou bay sajès ak bon konprann.
DAN 9:23 Nan kòmansman siplikasyon ou yo, lòd la te fin pase, e mwen vini pou di Ou, paske ou se byeneme. Konsa, prete atansyon a mesaj la pou vin konprann vizyon an.
DAN 9:24 “Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.
DAN 9:25 “Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.
DAN 9:26 Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens lan ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafen. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine.
DAN 9:27 Li va fè yon akò ki byen fò avèk anpil moun pandan yon semèn. Men nan mitan semèn nan, li va fè sispann sakrifis ak ofrann sereyal yo. Epi sou zèl abominasyon yo, va vini yon moun ki fè dezolasyon. Men lè l rive nan fen an nèt, ki deja detèmine, lakòlè va vide sou sila ki fè dezolasyon an.”
DAN 10:1 Nan twazyèm ane Cyrus, wa Perse la, yon mesaj te revele a Daniel, ki te rele Belschatsar. Mesaj la te vrè; menm yon gran gè. Li te konprann mesaj la, e te gen konprann vizyon an.
DAN 10:2 Nan jou sila yo, mwen menm, Daniel, mwen t ap fè dèy pandan twa semèn.
DAN 10:3 Mwen pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven an pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli.
DAN 10:4 Nan venn-katriyèm jou nan premye mwa a, pandan mwen te akote gran rivyè a, ki se Hiddékel,
DAN 10:5 mwen te leve zye m gade e vwala, te gen yon sèten nonm abiye an len, ak senti l mare ak yon sentiwon lò pi, ki sòti Uphaz.
DAN 10:6 Anplis, kò li te tankou krizolit, figi li kon aparans ak loray, zye li kon tòch flanm dife, bra li ak pye li tankou bwonz byen poli, e son a pawòl li yo, kon son a yon gran foul.
DAN 10:7 Alò, mwen menm, Daniel, mwen tou sèl te wè vizyon an, pandan mesye ki te avè m yo pa t wè vizyon an, men yon gwo laperèz te vin tonbe sou yo, e yo te kouri ale kache kò yo.
DAN 10:8 Konsa, mwen te rete sèl, e mwen te wè gran vizyon sila a. Konsa, pa t gen fòs ki te rete nan mwen, paske koulè po m te vin pal tankou moun ki mouri, e mwen te pèdi tout fòs mwen nèt.
DAN 10:9 Men mwen te tande son a pawòl li yo. Depi mwen te tande son pawòl li yo, mwen te tonbe nan yon gwo somèy sou figi mwen, figi m atè nèt.
DAN 10:10 Konsa, gade byen, yon men te touche mwen ki te plase m sou men ak jenou m yo.
DAN 10:11 Li te di mwen: “O Daniel, nonm ki trè byeneme a, konprann pawòl ke mwen va pale ou yo. Kanpe dwat! Paske mwen te voye kote ou koulye a.” Lè li te pale pawòl sa a, mwen menm, mwen te kanpe. Mwen t ap tranble.
DAN 10:12 Alò, li te di mwen: “Pa pè, Daniel, paske depi premye jou ke ou te dedye kè ou pou konprann sa a, lè ou te imilye ou devan Bondye ou a, pawòl ou yo te vin tande. Konsa, mwen te vini akoz pawòl ou yo.
DAN 10:13 Men prens a wayòm Perse la te kanpe kont mwen pandan venteyen jou; epi gade byen Micaël, youn nan chèf a prens yo, te vin ede m, paske mwen te rete la sèl ak wa a Perse yo.
DAN 10:14 Koulye a, mwen gen tan vini pou bay ou konprann de sa ki va rive a pèp ou a nan dènye jou yo, paske vizyon an apatyen a anpil jou ki poko rive.”
DAN 10:15 Lè li te pale ak mwen konsènan pawòl sila yo, mwen te vire figi mwen vè tè a e mwen pa t ka pale menm.
DAN 10:16 Epi gade byen, yon bagay ki te sanble ak yon fis a lòm te touche lèv mwen. Konsa, mwen te louvri bouch mwen pou te pale, e mwen te di a sila ki te kanpe devan m nan: “O senyè mwen an, akoz vizyon an chagren te antre nan mwen e tout fòs mwen te kite m.
DAN 10:17 Paske kòman yon kalite sèvitè konsa kapab pale ak youn tankou senyè mwen an? Epi pou mwen, fòs pa rete nan mwen, ni okenn souf pa rete nan mwen.”
DAN 10:18 Epi sila a ki te sanble ak fis a lòm nan, te touche mwen ankò e te ban m fòs.
DAN 10:19 Li te di mwen: “O nonm trè byeneme a, pa pè. Lapè avèk ou. Pran kouraj! Wi, se pou ou vin vanyan!” Alò, depi lè li te fin pale ak mwen an, mwen te resevwa fòs, e mwen te di: “Kite senyè mwen an pale, paske ou te ban m fòs.”
DAN 10:20 Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen prens a Grèce la va vini.
DAN 10:21 Men mwen va di ou sa ki enskri nan pawòl verite a. Nanpwen okenn moun k ap kanpe avè m kont sila yo, sòf ke Micaël, prens ou an.
DAN 11:1 “Nan premye ane Darius, Mèd la, Mwen te leve pou m ta kapab vin yon ankourajman ak yon pwotèj pou li.
DAN 11:2 “Epi koulye a, mwen va di ou verite a. Gade byen, va gen twa wa ankò ki va leve Perse. Epi katriyèm nan va bokou pi rich ke tout lòt yo. Lè li vin fò akoz richès li yo, li va pwovoke tout pouvwa li a kont wayòm Grèce la.
DAN 11:3 Konsa, yon wa pwisan va vin leve. Li va gouvène ak gwo otorite e fè sa li pito.
DAN 11:4 Epi lè li fin leve, wayòm li an va vin kraze e divize vè kat van syèl yo, men se pa a pwòp desandan pa li, ni selon otorite ke li te gouvène, paske wayòm li an va vin dechouke e vin bay a lòt moun ke yo menm.
DAN 11:5 “Epi wa a Sid la va vin fò, ansanm ak youn nan prens li yo ki va vin pi fò ke li, e li va domine li. Dominasyon li an va vrèman gran.
DAN 11:6 Apre kèk ane, yo va fè yon alyans e fi wa a Sid la va vin kote wa Nò a pou antann yo pou yo gen lapè. Men fi a p ap ka kenbe pozisyon pouvwa li a. Ni li menm wa Sid la, li p ap ka kenbe pouvwa pa li a; men fi a va vin livre, ansanm ak sila ki te mennen l antre ak sila ki te devni papa l, menm ak sila ki te bay li soutyen nan lè sa yo.
DAN 11:7 “Men youn nan desandan fanmi fi yo va leve nan plas li. Li va vin kont lame pa yo, pou l antre nan sitadèl wa Nò a. Li va aji kont yo, e li va vank yo.
DAN 11:8 Anplis dye, imaj metal, veso presye an ajan ak lò yo, li va pote yo an kaptivite an Egypte. Konsa, li va sispann atake wa Nò a pandan kèk ane.
DAN 11:9 Li va antre nan wayòm a wa Sid la, men li va retounen nan pwòp peyi li.
DAN 11:10 Fis li yo va rasanble yon gwo lame ki va vin debòde e travèse. Konsa, yo va retounen fè lagè rive jis nan pwòp sitadèl li a.
DAN 11:11 “Wa Sid la va anraje e vin goumen ak wa Nò a. Epi dezyèm nan va leve yon gwo foul lame kont premye a, men foul lame sila a va livre nan men a premye a.
DAN 11:12 Epi foul lame a va vin leve retire. Kè li va vin egzalte e li va fè sòlda tonbe pa di-milye, men, li p ap ka enpoze li.
DAN 11:13 Paske, wa Nò a va retounen e leve yon foul ki pi gwo ke sa avan an. Epi li va vini nan fen tan yo, menm nan fen ane yo, avèk yon gwo lame e avèk anpil minisyon.
DAN 11:14 “Alò, nan tan sila yo, va gen anpil moun ki va leve kont wa Sid la. Sila ki vyolan pami pèp nou an va leve yo menm pou etabli vizyon an, men yo va tonbe.
DAN 11:15 Epi wa Nò a va vini, li va monte yon teras e li va pran yon vil byen fòtifye. Konsa, lame a Sid yo p ap ka kanpe, ni meyè sòlda byen chwazi li yo. Li p ap gen okenn fòs pou l ka kanpe.
DAN 11:16 Men sila ki vini kont li an va fè sa li pito, e nanpwen moun ki ka kanpe devan li. Konsa, li va kanpe nan peyi laglwa a, e nan men li va gen destriksyon.
DAN 11:17 Li va mete fas li pou vini ak pouvwa a tout wayòm li a. Li va mennen avèk li yon pwopozisyon lapè, ke li va etabli. Li va anplis bay li fi a fanm nan pou detwi wayòm nan. Men li p ap kanpe pou li, ni bay li soutyen.
DAN 11:18 Apre sa li va vire fas li vè peyi kot yo, e li va kaptire anpil nan yo. Men yon chèf va fè repwòch li a sispann. Anplis, li va fè l peye pou ensolans li.
DAN 11:19 Konsa, li va vire fas li vè fòterès pwòp peyi li a, men li va glise tonbe, e li p ap ka releve ankò.
DAN 11:20 “Epi nan plas li a, yon moun va koze yon mèt kontribisyon a travèse wayòm nan pou kontwole glwa li. Malgre sa, nan kèk jou, li va vin detwi, malgre se pa ni nan kòlè, ni nan batay.
DAN 11:21 “Nan plas li a, yon nonm meprizab va vin leve, a sila tit a wa a pa t vin bay. Men li va vini nan yon tan trankil e li va sezi wayòm nan ak ti manèv koken flatè moun.
DAN 11:22 Lame debòde peyi a va soti devan l, e vin kraze nèt, ansanm ak prens akò a.
DAN 11:23 Apre yon akò lapè fin fèt ak li, li va fè travay desepsyon. Li va monte reyisi pran pouvwa a ak yon ti ekip tou piti.
DAN 11:24 Nan tan lapè a, li va antre nan pati wayòm ki pi rich la, e li va fè sa ke zansèt li yo pa t janm fè, ni zansèt zansèt li yo. Li va distribye piyaj ak byen yo pami yo. Konsa, li va fòme yon plan kont sitadèl yo, men sèlman pou yon ti tan.
DAN 11:25 “Li va pwovoke pwisans ak kouraj li kont wa a Sid la ak yon gwo lame. Konsa, wa Sid la va fòme yon vrèman gwo lame pou fè lagè, men li p ap ka kanpe, paske yo va fòme yon plan kont li.
DAN 11:26 Sila ki te konn manje pi bon manje nan men l lan, va detwi li, epi lame li a va bale nèt. Konsa, anpil moun va tonbe mouri.
DAN 11:27 Selon toulède wa sa yo, kè yo apiye vè fè mal. Yo va pale manti youn ak lòt sou menm tab, men sa p ap reyisi, paske fen an toujou gen pou vini nan lè apwente a.
DAN 11:28 Konsa, li va retounen nan sid, nan peyi li ak anpil piyaj. Men kè li va kont akò sen an, e li va pran desizyon retounen nan peyi li.
DAN 11:29 “Nan lè apwente a, li va retounen antre nan Sid la. Men nan fwa sa a, li p ap menm jan li te ye fwa avan an.
DAN 11:30 Paske bato a Kittim yo va vini kont li. Akoz sa, li va vin gen chagren. Li va retounen byen anraje kont akò sen an, e li va aji. Konsa, li va retounen pran desizyon pou antann li ak sila ki vyole akò sen yo.
DAN 11:31 “Sòlda li yo va pwofane sanktyè a, fò a menm, e fè sakrifis nòmal la vin sispann. Konsa, yo va fè monte abominasyon dezolasyon an.
DAN 11:32 Ak lèv flatè, li va sedwi sila ki vyole akò yo, men pèp ki konnen Bondye a va kanpe fèm pou aji.
DAN 11:33 “Sila ki gen bon konprann pami pèp la va bay konesans a anpil moun. Malgre sa, yo va tonbe pa nepe, pa dife, pa kaptivite e pa piyaj pandan anpil jou.
DAN 11:34 Alò, lè yo tonbe, yo va resevwa yon ti èd, men anpil lòt moun va vin jwenn ak yo an ipokrizi.
DAN 11:35 Kèk nan sila ki gen bon konprann yo va tonbe pou yo ka rafine pirifye, e fè yo blan, jis menm lè dènye tan an rive. Akoz li toujou gen pou vini nan lè apwente a.
DAN 11:36 “Konsa, wa a va fè sa li pito. Li va vin egzalte. Li va bay tèt li glwa pi wo pase tout dye yo, e li va pale anpil bagay byen move kont Bondye a dye yo. Konsa, li va pwospere jiskaske endiyasyon an fini, paske dekrè ki pibliye a va akonpli.
DAN 11:37 Li p ap montre okenn respè pou dye a zansèt li yo, ni pou dezi fanm, ni li p ap gen respè pou okenn lòt dye. Paske li va leve tèt li ak glwa pi wo ke yo tout.
DAN 11:38 Men olye de sa, li va bay glwa a dye a fòterès yo. Yon dye ke zansèt li yo pa t konnen, li va bay glwa ak lò, ajan, pyè presye ak trezò.
DAN 11:39 Li va aji kont fòterès ki pi fò yo ak soutyen a yon dye etranje. Nenpòt moun ki rekonèt li, li va ogmante yo ak glwa, e li va fè yo domine sou anpil, e va divize tèritwa a pou yon pri.
DAN 11:40 “Nan lè lafen an wa Sid la va atake li. Wa Nò a va rive kont li ak cha, ak chevalye, e ak anpil bato. Epi li va antre nan peyi yo, debòde yo e pase anndan yo.
DAN 11:41 Anplis, li va antre nan Peyi Laglwa a, e anpil peyi va ranvèse. Men sila yo va delivre soti nan men li: Edom Moab, ak premye nan fis a Ammon yo.
DAN 11:42 Anplis, li va lonje men li kont lòt peyi yo, e peyi Egypte la p ap chape.
DAN 11:43 Men li va pran kontwòl tout trezò kache ak lò, ajan ak tout bagay presye an Egypte yo. Libyen yo ak Etyopyen yo va swiv pye li yo.
DAN 11:44 Men rimè ki sòti nan Lès ak nan Nò va vin twouble li. Li va soti deyò ak gwo kòlè pou detwi e fè anpil disparèt nèt.
DAN 11:45 Li va fè monte tant a palè li a antre lanmè a ak Mòn Sen Laglwa a. Malgre sa, li va rive nan fen li e nanpwen moun k ap bay li soutyen.
DAN 12:1 “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ki gen non ekri nan liv la.
DAN 12:2 Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.
DAN 12:3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
DAN 12:4 Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”
DAN 12:5 Epi mwen menm, Daniel te gade, e vwala, de lòt moun te kanpe, youn sou bò rivyè sa a, e lòt la sou lòtbò a.
DAN 12:6 Konsa youn te di a mesye abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a: “Konbyen tan pou rive nan fen a bagay mèvèy sila yo?”
DAN 12:7 Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ke li va pou yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.
DAN 12:8 Konsa, mwen te tande, men mwen pa t ka konprann. Akoz sa, mwen te di: “Senyè mwen, kisa ki va fen a evenman sila yo?”
DAN 12:9 Li te di: “Ale, Daniel, paske pawòl sila yo kache e sele nèt, jiska moman lafen an.
DAN 12:10 Anpil moun va pirifye tèt yo, e fè tèt yo blan pou vin rafine, men mechan yo va aji ak mechanste. Konsa okenn nan mechan yo p ap konprann, men sila ki gen sajès yo va konprann.
DAN 12:11 “Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou.
DAN 12:12 Beni se sila ki va tann, e rive jis nan Mil-twa-san-trann-senk (1,335) jou yo.
DAN 12:13 “Men ou menm, kontinye fè wout ou, jis rive nan fen an. Paske ou va antre nan repo, e ou va kanpe ankò pou pòsyon eritaj pa ou a nan fen jou yo.”
HOS 1:1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.
HOS 1:2 Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”
HOS 1:3 Konsa, li te ale pran Gomer, fi a Diblaïm nan. Li te vin ansent, e li te fè yon fis pou li.
HOS 1:4 Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non Jizreel; paske deja nan yon ti tan mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini.
HOS 1:5 Nan jou sa a, Mwen va kraze banza Israël la nan vale Jizreel la.”
HOS 1:6 Konsa, li te vin ansent ankò, e li te bay nesans a yon fi. Epi SENYÈ a te di li: “Rele li Lo Ruchama, paske Mwen p ap fè konpasyon ankò pou lakay Israël, pou M ta janm padone yo.
HOS 1:7 Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.”
HOS 1:8 Alò, lè li te fin sevre Lo Ruchama, li te vin ansent, e li te fè yon fis.
HOS 1:9 Epi SENYÈ a te di: “Rele li Lo Ammi, paske nou pa pèp Mwen, ni Mwen pa Bondye nou.”
HOS 1:10 Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’
HOS 1:11 Konsa, fis a Juda ak fis Israël yo va vin rasanble ansanm, epi yo va chwazi pou kont yo yon sèl chèf, epi yo va monte depi nan peye a, paske jou a Jizreel la va vreman gran.
HOS 2:1 “Di a frè ou a ‘Pèp mwen yo’! Epi a sè ou yo, ‘Byeneme mwen an!’
HOS 2:2 Reprimande manman ou! Reprimande, paske li pa madanm mwen; ni mwen pa mari li. Kite li retire pwostitisyon li yo devan figi li, ak adiltè li yo soti antre tete li yo;
HOS 2:3 sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt toutouni menm jan ak jou li te fèt la; pou fè l vin tankou yon peyi dezè e touye li ak swaf.
HOS 2:4 Anplis, Mwen p ap fè mizerikòd sou pitit li yo, akoz yo se pitit a pwostitiye.
HOS 2:5 Paske manman yo te fè pwostitisyon. Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di: ‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo, ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen, lwil ak bwason mwen.’
HOS 2:6 Akoz sa, Mwen va fè monte yon kloti pikan, e Mwen va bati yon mi kont li pou l pa ka twouve ti wout li yo.
HOS 2:7 Li va kouri dèyè moun ki renmen li yo, men li p ap ka rive sou yo. Li va chache yo, men li p ap jwenn yo. Konsa li va di: ‘M ap prale retounen kote premye mari Mwen an, paske lè sa a te pi bon pou mwen pase koulye a.’
HOS 2:8 Paske li pa t konnen ke se te Mwen ki te bay li sereyal la, diven nèf ak lwil la, e ki te bay li anpil lò ak ajan ke yo te fè sèvi pou Baal yo.
HOS 2:9 Akoz sa, Mwen va reprann sereyal Mwen an nan lè rekòlt la ak diven Mwen an nan sezon li an. Mwen va, anplis, retire lenn Mwen an ak len Ki te pou kouvri pou li pa t toutouni an.
HOS 2:10 Konsa, Mwen va dekouvri wont li devan zye a tout moun ki renmen li yo, e pèsòn p ap mande fè l soti nan men Mwen.
HOS 2:11 Anplis, Mwen va mete fen a tout kè kontan l; fèt li yo, nouvèl lin li yo, Saba a, ak tout Gwo rasanbleman fèt li yo.
HOS 2:12 Mwen va detwi pye rezen li yo ansanm ak pye fig fwi etranje yo selon sila li te di: ‘Sa yo se salè mwen, ke moun ki renmen m yo te ban mwen.’ Mwen va fè yo tounen yon rakbwa, e bèt chan va devore yo.
HOS 2:13 Mwen va pini li pou jou Baal yo, kote li te brile lansan an, lè l te abiye tèt li ak zanno ak bijou yo, pou l swiv moun ki renmen li yo, epi tebliye Mwen” deklare SENYÈ a.
HOS 2:14 Pou sa, gade byen, Mwen va atire li mennen li antre nan dezè a pou pale dous avèk li.
HOS 2:15 Epi soti la, Mwen va bay li chan rezen yo, ak Vale Akò a kon yon pòt espwa. Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo, tankou nan jou lè l te vin monte soti nan peyi Égypte la.
HOS 2:16 Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ a, “ke ou va rele Mwen: ‘Mari mwen’ e ou p ap rele M ankò: ‘Mèt mwen’.
HOS 2:17 Paske Mwen va retire non a Baal yo soti nan bouch li, pou yo pa nonmen pa non yo ankò.
HOS 2:18 Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò pou yo ak bèt chan yo, zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo. Mwen va aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a, e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite.
HOS 2:19 Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan. Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis, nan lanmou dous ak konpasyon.
HOS 2:20 Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite. Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.
HOS 2:21 “Li va vin rive nan jou sa a ke Mwen va reponn”, deklare SENYÈ a. “Mwen va reponn a syèl yo, e yo va reponn a tè a.
HOS 2:22 Epi Latè va reponn a sereyal la, diven nèf ak lwil la; epi yo va reponn a Jizreel.
HOS 2:23 Mwen va simen li kote M nan tè a, Mwen va genyen mizerikòd pou li, fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la. Konsa, Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an: ‘Ou se pèp Mwen an!’ Epi yo va reponn: ‘Ou se Bondye mwen!’”
HOS 3:1 Alò, SENYÈ a te di mwen: “Ale ankò, renmen ak yon fanm ki renmen pa yon lòt, malgre se yon fanm adiltè, menm jan ke SENYÈ a renmen fis Israël yo, poutan, yo vire vè lòt dye yo, e yo renmen gato rezen yo.”
HOS 3:2 Konsa, mwen te achte fanm nan pou yon sòm a kenz pyès ajan ak yon omè edmi lòj.
HOS 3:3 Mwen te di li: “Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap fè pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm.”
HOS 3:4 Paske, fis Israël yo va rete pandan anpil jou san wa ni prens, san sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo.
HOS 3:5 Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.
HOS 4:1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo, paske SENYÈ a gen yon pwosè kont pèp peyi a: Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.
HOS 4:2 Gen joure ak madichon, vyole konfyans, asasine moun, vòlè, fè adiltè. Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san, e vèse san fè san vèse plis.
HOS 4:3 Akoz sa, peyi a va fè dèy. Tout moun ki rete ladann ap megri menm ak tout sa ki viv. Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo, epi pwason lanmè yo va mouri.
HOS 4:4 Malgre sa, pa kite okenn moun pote akizasyon, ni okenn moun vin repwoche; paske pèp nou an se tankou sila ki fè kont ak prèt yo.
HOS 4:5 Konsa, nou va glise tonbe nan lajounen e menm pwofèt la va glise tonbe avèk nou nan lannwit. Epi Mwen va detwi manman ou.
HOS 4:6 Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans. Akoz ou te rejte konesans, Mwen menm tou, Mwen va rejte ou. Ou p ap ka fè prèt pou Mwen, akoz ou te bliye lalwa Bondye. Konsa, Mwen menm tou, Mwen ap bliye pitit nou yo.
HOS 4:7 Plis ke yo te miltipliye, plis ke yo te peche kont mwen. Mwen va fè glwa yo vin chanje an wont.
HOS 4:8 Yo manje sou peche a pèp Mwen an, e yo dirije volonte yo vè inikite yo.
HOS 4:9 Se konsa sa va ye: jan pèp la ye a, se konsa prèt la ye. Akoz sa, Mwen va pini yo pou chemen yo, e Mwen va rekonpanse yo pou zak yo.
HOS 4:10 Yo va manje, men yo p ap gen ase. Yo va fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante, akoz yo sispann koute SENYÈ a.
HOS 4:11 Lavi pwostitisyon, diven, ak diven nèf retire bon konprann.
HOS 4:12 Pèp mwen an mande konsèy a zidòl ki fèt ak bwa yo. Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo; yo te enfidèl a Bondye yo a.
HOS 4:13 Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo, e yo brile lansan sou kolin yo. Anba pye bwadchèn yo, pye sikrèn ak pye mapou yo; akoz lonbraj yo dous. Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon e madanm nou yo fè adiltè.
HOS 4:14 Mwen p ap pini fi nou yo lè yo fè pwostitisyon, ni madanm nou yo lè yo fè adiltè. Paske, mesye yo, yo menm, ale sou kote ak pwostitiye yo, e fè sakrifis yo ak pwostitiye tanp yo. Konsa, pèp san konprann nan vin detwi nèt.
HOS 4:15 Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an, men ou pa kite Juda vin koupab; pa monte vè Guilgal, ni monte nan Beth-Aven, ni sèmante: “Jan Bondye vivan an!”
HOS 4:16 Paske Israël fè tèt li di, tankou yon gazèl ak tèt rèd. Èske SENYÈ a, koulye a, kapab nouri yo tankou jenn mouton nan yon bèl chan?
HOS 4:17 Éphraïm vin jwenn ak zidòl yo. Kite li pou kont li.
HOS 4:18 Bwason yo vin gen gou si. Yo jwe pwostitiye tout tan. Chèf yo vrèman renmen wont yo.
HOS 4:19 Van an te vlope li nan zèl li yo; yo va wont akoz sakrifis yo fè.
HOS 5:1 Tande bagay sa a, O prèt yo! Prete zòrèy ou O lakay Israël! Koute byen, O lakay wa a! Paske jijman an se pou ou, paske ou te yon pèlen nan Mitspa e yon Filè ouvri sou Thabor.
HOS 5:2 Rebèl yo desann fon nan fè masak; men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout.
HOS 5:3 Mwen konnen Éphraïm e Israël pa kache devan M; paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye. Israël te souye tèt li.
HOS 5:4 Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a, paske, yon lespri pwostitisyon rete anndan yo. Yo pa konnen SENYÈ a.
HOS 5:5 Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li. Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo. Anplis, Juda va tonbe avèk yo.
HOS 5:6 Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo pou y al chache SENYÈ a, men yo p ap jwenn Li. Li te retire tèt Li kite yo.
HOS 5:7 Yo te aji an trèt kont SENYÈ a, paske yo te fè pitit ilejitim. Koulye a nouvèl lin nan va devore yo menm ak chan yo.
HOS 5:8 “Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a. Sone alam Beth-Aven nan: Dèyè ou, Benjamin!
HOS 5:9 Éphraïm va vin yon kote dezole nan jou repwòch la; Pami tribi Israël yo, Mwen deklare sa ki va rive.
HOS 5:10 Prens a Juda yo te vin tankou sila ki deplase Bòn yo; Sou yo, Mwen va vide tout chalè kòlè Mwen an tankou dlo.
HOS 5:11 Éphraïm vin oprime, Li vin kraze nan jijman an, akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.
HOS 5:12 Akoz sa, mwen vin tankou yon papiyon twal pou Éphraïm e tankou pouriti pou lakay Juda.
HOS 5:13 “Lè Éphraïm te wè maladi li a, e Juda, jan li te blese a; alò, Éphraïm te ale kote Assyrie. Li te voye kote Wa Jareb. Men li p ap ka geri w, ni li p ap ka fè geri maleng ou an.
HOS 5:14 Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm, e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda. Mwen menm, Mwen va chire an mòso e Mwen va ale. Mwen va pote ale, e p ap gen moun ki pou delivre.
HOS 5:15 Mwen va ale retounen nan plas Mwen, jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo, pou chache fas Mwen. Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”
HOS 6:1 Vini, annou retounen kote SENYÈ a; paske li te chire nou, men Li va geri nou. Li te blese nou, men Li va panse nou.
HOS 6:2 Li va fè nou vin refè apre de jou; Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve. Konsa, nou va viv devan Li.
HOS 6:3 Annou rekonèt SENYÈ a; annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a. Aparans Li asire tankou solèy k ap leve granmmaten. Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli, tankou lapli prentan k ap wouze latè.
HOS 6:4 Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm? Kisa pou M fè ak ou, O Juda? Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten, tankou farinay ki disparèt bonè.
HOS 6:5 Akoz sa, Mwen te taye yo an mòso ak pwofèt yo; Mwen te touye yo ak pawòl bouch Mwen. Jijman Ou yo se tankou loray k ap tire.
HOS 6:6 Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis, epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.
HOS 6:7 Men yo menm, tankou Adam te kase transgresyon akò a. La, yo pa t fidèl anvè Mwen.
HOS 6:8 Galaad se yon vil ki plen ak malfektè, plen ak tach san.
HOS 6:9 Epi tankou bandi k ap tann yon moun; konsa, yon twoup prèt asasine moun sou wout pou rive Sichem nan. Se gwo krim y ap fè.
HOS 6:10 Nan lakay Israël, Mwen te wè yon move bagay. Gen pwostitisyon nan Éphraïm. Israël souye pwòp tèt li.
HOS 6:11 Ou menm tou, O Juda! Gen yon rekòlt ki deja apwente pou ou menm, lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an.
HOS 7:1 Lè M ta geri blesi Israël, inikite a Éphraïm nan vin dekouvri, ak mechanste a Samarie a tou; paske yo aji nan manti. Vòlè a antre, bandi yo atake pa deyò.
HOS 7:2 Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen Sonje tout mechanste yo. Alò, zak yo ap antoure yo; yo devan figi Mwen.
HOS 7:3 Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan, epi prens yo, ak manti yo.
HOS 7:4 Yo tout se adiltè; yo tankou yon fou la ke bos boulanje sispann chofe, depi nan lè l ap fè pen an, jis rive lè pan an fin leve.
HOS 7:5 Nan jou a wa nou an, prens yo te fè tèt yo malad ak chalè diven an. Li te lonje men li ak mokè yo.
HOS 7:6 Paske kè yo vin tankou yon fou pandan y ap kouche tann moun. Fachez yo fè gwo touf lafimen tout lannwit. Nan maten, li brile tankou yon gwo flanm dife.
HOS 7:7 Yo tout cho tankou yon fou. Yo manje jij yo. Tout wa yo fin tonbe. Nanpwen youn pami yo ki rele M.
HOS 7:8 Éphraïm mele li menm ak nasyon yo. Éphraïm se yon gato ki pa t vire.
HOS 7:9 Etranje yo devore fòs li, men li pa wè sa a. Anplis, cheve blanch yo la sou li, men li pa konnen.
HOS 7:10 Malgre sa ògèy Israël la fè temwaye kont li, men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a. Ni yo pa chache Li, malgre tout sa.
HOS 7:11 Konsa, Éphraïm te vin tankou yon toutrèl egare, san bon sans. Yo rele vè Egypte. Yo ale Assyrie.
HOS 7:12 Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo. Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo. Mwen va bay yo chatiman, jan kongregasyon yo a te tande a.
HOS 7:13 Malè a yo menm! Paske yo te gaye kite Mwen! Destriksyon pou yo menm, paske yo te fè rebèl kont Mwen! Mwen ta rachte yo, men yo fè manti kont Mwen.
HOS 7:14 Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo, men yo rele fò sou kabann yo. Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf. Men yo vire kite Mwen.
HOS 7:15 Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò, malgre sa, yo fè konplo pou mal kont Mwen.
HOS 7:16 Yo vire, men pa a Sila ki anwo a. Yo tankou yon banza k ap twonpe moun. Prens yo va tonbe devan nepe akoz ensolans a lang yo. Sa va fèt pou yo ka vin pase nan rizib nan peyi Egypte.
HOS 8:1 Mete twonpèt la sou lèv ou! Yon bagay tankou malfini vini kont lakay SENYÈ a; akoz yo te transgrese akò Mwen an, e fè rebèl kont lalwa Mwen an.
HOS 8:2 Yo va rele a Mwen menm: ‘Bondye mwen an, nou menm—Israël—Nou konnen Ou.’
HOS 8:3 Israël te rejte sa ki bon; lènmi an va kouri dèyè l.
HOS 8:4 Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm. Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm. Ak ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo, jis pou yo ta ka koupe retire nèt.
HOS 8:5 Kite Samarie jete jenn bèf li deyò! Kòlè Mwen ap brile kont yo! Pou konbyen de tan yo va rete san kapasite pou pirifye?
HOS 8:6 Paske, sa sòti menm an Israël! Se yon ouvriye ki fè l. Li pa Bondye. Anverite, jenn bèf Samarie a va kraze an mòso.
HOS 8:7 Paske yo simen van, e yo rekòlte toubiyon.
HOS 8:8 Israël vin vale nèt. Koulye a, se pami nasyon yo ye; tankou yon veso ki pa bay plezi a okenn moun.
HOS 8:9 Paske yo te monte Assyrie, kon yon bourik mawon pou kont li. Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo.
HOS 8:10 Malgre yo vann tèt yo pami nasyon yo, se koulye a, Mwen va ranmase yo. Yo kòmanse vin febli akoz presyon a wa de sa yo ak pwisans.
HOS 8:11 Akoz Éphraïm te miltipliye lotèl pou fè peche yo, Yo te devni lotèl pou li pou peche yo.
HOS 8:12 Malgre sa Mwen te ekri pou li règleman san fen de Lalwa Mwen yo, men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.
HOS 8:13 Pou sakrifis ofrann Mwen yo, yo fè sakrifis vyann, e yo manje l. SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo. Konsa, Li va sonje inikite yo, e pini peche yo. Yo va retounen an Egypte.
HOS 8:14 Paske Israël te bliye Kreyatè li. Li te bati palè yo. Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo; men Mwen va voye dife sou vil li yo, e konsa, li va devore gwo palè li yo.
HOS 9:1 Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo! Paske ou te fè pwostitisyon. Ou te abandone Bondye ou a. Ou te renmen salè kòb ki konn ranmase sou nenpòt glasi vannen.
HOS 9:2 Glasi vannen an ak pèz diven an p ap nouri yo, e diven nèf la va fè yo vin twonpe.
HOS 9:3 Yo p ap rete nan peyi SENYÈ a, men Éphraïm va retounen an Égypte, e yo va manje sa ki pa pwòp an Assyrie.
HOS 9:4 Yo p ap vide ofrann bwason diven a SENYÈ a, Ni yo p ap fè L plezi. Sakrifis yo va tankou pen moun ki fè dèy pou mò. Tout moun ki manje ladann va vin souye, paske pen pa yo va sèlman pou plen vant yo. Li p ap antre lakay SENYÈ a.
HOS 9:5 Kisa ou va fè nan jou fèt apwente a, ak nan jou a fèt SENYÈ a?
HOS 9:6 Paske, gade byen, lè yo pran flit devan destriksyon, Égypte va ranmase yo. Moph va antere yo. Se machacha k ap vin pran trezò ajan yo. Se bwa pikan k ap fè tant yo.
HOS 9:7 Jou pinisyon yo gen tan rive. Jou jijman yo gen tan rive. Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou, moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli, akoz inikite ou yo tèlman vin anpil, e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran.
HOS 9:8 Yon pwofèt veye sou Éphraïm avèk Bondye mwen an. Yon pèlen moun pou kapte se nan tout chemen li yo, e se sèl mepriz li twouve lakay Bondye li a.
HOS 9:9 Yo antre tèt yo byen fon nan koripsyon, tankou nan jou a Guibea yo. Li va sonje inikite yo. Li va pini peche yo.
HOS 9:10 Mwen te twouve Israël tankou rezen yo nan dezè. Mwen te wè papa zansèt nou yo tankou premye fwi sou pye fig nan premye sezon li. Men yo te rive kote Baal-Peor; yo te konsakre tèt yo a gwo wont, e yo te vin abominab menm jan ak sila ke yo te renmen an.
HOS 9:11 Pou Éphraïm glwa yo va vole ale kon zwazo. P ap gen ni nesans, ni ansent, ni konsepsyon.
HOS 9:12 Malgre yo leve pwòp pitit yo, Mwen va prive yo de yo, jiskaske pa gen yon moun ki rete. Wi, anverite malè a yo menm, lè Mwen kite yo!
HOS 9:13 Mwen wè Éphraïm, jan Mwen te wè Tyr la, plante nan yon bèl chan; men Éphraïm va fè parèt ak pitit li yo pou gran masak la.
HOS 9:14 Bay yo!—O SENYÈ! Kisa Ou va bay yo? Bay yo yon ti vant foskouch ak tete sèch.
HOS 9:15 Tout mechanste yo se nan Guilgal; Anverite se la Mwen te rayi yo! Akoz mechanste a zak yo, Mwen va chase yo sòti lakay Mwen. Mwen p ap renmen yo ankò; tout prens yo se rebèl.
HOS 9:16 Éphraïm vin frape. Rasin yo vin sèch. Yo p ap bay fwi. Menm si yo ka fè pitit, Mwen va touye fwi byeneme a vant yo a.
HOS 9:17 Bondye mwen an va jete yo deyò akoz yo pa t koute Li; epi yo va vin vagabon pami nasyon yo.
HOS 10:1 Israël se yon pye rezen byen fètil; li pwodwi fwi pou pwòp tèt li. Selon kantite fwi li te genyen, li te miltipliye lotèl li yo. Selon bonte a peyi yo a, yo te fè pilye sakre.
HOS 10:2 Kè yo vin divize. Koulye a, yo gen pou pote pwòp koupabilite yo. SENYÈ a va kraze lotèl yo. Li va detwi pilye sakre yo.
HOS 10:3 Anverite, koulye a yo va di: “Nou pa gen wa, paske nou pa krent SENYÈ a. Epi wa a, se kisa li ka fè pou nou?”
HOS 10:4 Se sèlman pawòl ke yo pale, ak fo sèman pou fè akò. Donk jijman yo pete leve tankou zèb k ap anpwazone nan tras chan yo.
HOS 10:5 Pèp Samarie yo va gen lakrent akoz jenn bèf Beth-Aven nan. Anverite, pèp li a va fè lamantasyon pou li, ak prèt zidòl yo k ap kriye pou li, pou glwa li, akoz sa fin ale kite li nèt.
HOS 10:6 Sa va pote ale osi an Assyrie pou fè omaj a Wa Jareb. Éphraïm va resevwa lawont, e Israël va vin wont de pwòp konsèy li.
HOS 10:7 Pou Samarie, wa li a va vin peri tankou ti bout bwa Ki parèt sou fas dlo.
HOS 10:8 Anplis, wo plas Aven yo, peche Israël la, va vin detwi. Pikan ak raje va grandi sou lotèl yo. Yo va di a mòn yo: “Kouvri nou!” E a kolin yo: “Vin tonbe sou nou.”
HOS 10:9 O Israël! Depi nan jou a Guibea yo, ou te peche. Se la yo te kanpe! Ni batay kont fis inikite yo pa t kite yo nan Guibea.
HOS 10:10 Lè se volonte Mwen, Mwen va bay yo chatiman. Konsa, pèp yo va vin rasanble kont yo lè yo mare nèt nan koupabilite doub yo.
HOS 10:11 Éphraïm se yon gazèl bèf byen antrene ki renmen foule grenn nan, men Mwen va pase jouk la sou bèl kou li a. Mwen va mete yon kavalye sou Éphraïm. Juda va raboure. Jacob va repase pou kraze bol tè a.
HOS 10:12 Simen a nou menm anvè ladwati, rekòlte selon ladousè. Fann tè ki poze ou a; se lè pou chache SENYÈ a jis lè Li vin vide ladwati sou nou.
HOS 10:13 Nou te raboure mechanste; nou te rekòlte lenjistis. Nou te manje fwi manti a, akoz nou te mete konfyans nou nan chemen nou, nan fòs kantite gèrye pwisan nou yo.
HOS 10:14 Akoz sa, yon gran gè va leve pami pèp nou an e tout fòterès nou yo va detwi, tankou Schalman te detwi Beth-Arbel nan jou batay la, lè manman an te kraze an mòso ak pitit li yo.
HOS 10:15 Konsa li va ye pou nou menm nan Béthel akoz gwo Mechanste nou yo. Bonè nan maten, wa Israël la va vin detwi nèt.
HOS 11:1 Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l; epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.
HOS 11:2 Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo. Yo te kontinye fè sakrifis bay Baal yo, e brile lansan bay zidòl yo.
HOS 11:3 Malgre sa, se te Mwen ki te montre Éphraïm jan pou l mache. Nan bra M, Mwen te pran yo; men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.
HOS 11:4 Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm, ak lyann lanmou. Konsa, Mwen te vini pou yo kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo. Mwen te bese mete manje devan yo.
HOS 11:5 Yo p ap retounen nan peyi Égypte, men Wa Assyrie a va vin wa yo, akoz yo te refize retounen kote Mwen.
HOS 11:6 Nepe va tonbe kont vil yo, pou kraze pòtay ak fè fòje yo, e li va fè tout plan yo disparèt.
HOS 11:7 Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou vire kite Mwen. Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a, anverite, yo p ap egzalte.
HOS 11:8 Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm? Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël? Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma? Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm? Kè M vire nèt anndan M; konpasyon Mwen vin anflame.
HOS 11:9 Mwen p ap egzekite chalè kòlè Mwen; Mwen p ap detwi Éphraïm ankò. Paske se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm; Sila Ki Sen nan mitan nou an e Mwen p ap antre nan kòlè.
HOS 11:10 Yo va mache dèyè SENYÈ a, Li va gwonde kon yon lyon; Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini, ap tranble soti nan lwès.
HOS 11:11 Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte, e kon toutrèl soti nan peyi Assyrie; epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a.
HOS 11:12 Éphraïm antoure Mwen ak manti, e lakay Israël ak desepsyon. Men anplis, Juda toujou egare, kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.
HOS 12:1 Éphraïm manje sou van, e kouri dèyè van lès la. Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans. Anplis, li fè yon akò ak Assyrie e lwil vin pote an Égypte.
HOS 12:2 Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda e Li va pini Jacob selon chemen li yo. Li va rekonpanse li selon zak li yo.
HOS 12:3 Nan vant manman, li te kenbe frè l pa talon; epi lè l fin grandi, li te lite ak Bondye.
HOS 12:4 Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l; li te kriye e li te chache favè li. Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.
HOS 12:5 Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo, SENYÈ a se non Li!
HOS 12:6 Pou sa, retounen kote Bondye ou a, Swiv ladousè ak lajistis, e tann Bondye ou a tout tan.
HOS 12:7 Men yon machann, ak fo balans lan nan men l. Li renmen twonpe moun.
HOS 12:8 Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich. Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen; Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri okenn inikite, ki ta peche.”
HOS 12:9 Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou, depi nan peyi Égypte la, va fè ou viv nan tant ankò, tankou nan jou fèt deziye yo.
HOS 12:10 Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo e mwen te miltipliye vizyon yo; epi selon ministè pwofèt yo, mwen te sèvi parabòl.
HOS 12:11 Èske gen inikite nan Galaad? Anverite, yo tout san valè. Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo; wi lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.
HOS 12:12 Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram, Israël te travay pou resevwa yon madanm. Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.
HOS 12:13 Epi pa yon pwofèt, SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte. Pa yon pwofèt, li te vin prezève.
HOS 12:14 Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè. Akoz sa, Senyè li va kite san li koule sou li, e fè repwòch li tounen sou li.
HOS 13:1 Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman. Li te leve tèt li wo an Israël; men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri.
HOS 13:2 Epi koulye a, yo peche plis toujou, e yo fè pou tèt yo imaj fonn an ajan, menm zidòl yo selon jan yo konprann. Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye. Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo ti bèf yo!”
HOS 13:3 Akoz sa, yo va tankou nwaj nan maten an ak lawouze k ap disparèt bonè, tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen, e tankou Lafimen soti nan chemine.
HOS 13:4 Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou, depi nan peyi Égypte la; epi ou pa pou konnen okenn dye sof ke Mwen; paske nanpwen sovè sof ke Mwen.
HOS 13:5 Mwen te pran swen ou nan dezè a, nan peyi sechrès la.
HOS 13:6 Lè yo te vin jwenn patiraj yo, yo te vin satisfè; yo te vin satisfè e kè yo te vin ògeye. Konsa, yo te bliye Mwen.
HOS 13:7 Akoz sa, Mwen va vin tankou yon lyon anvè yo. Kon yon leyopa, Mwen va kouche an kachèt bò chemen an.
HOS 13:8 Mwen va rankontre yo kon yon lous ki fenk fin pèdi pitit li, e mwen va chire lestomak yo nèt. Sou plas, Mwen va devore yo tankou yon manman lyon, jan yon bèt sovaj ta chire yo.
HOS 13:9 Se destriksyon pa w, O Israël! Akoz ou kont Mwen, kont sekou ou.
HOS 13:10 Kote wa ou a koulye a, pou li ta ka sove ou nan tout vil ou yo? Ak jij ke ou te mande yo: “Ban mwen yon wa ak prens yo”?
HOS 13:11 Mwen te bay ou yon wa nan kòlè Mwen, e Mwen te fè l soti nan kòlè Mwen.
HOS 13:12 Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt; peche li vin mete nan depo.
HOS 13:13 Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li; se pa yon fis ki saj, k ap rete nan vant ki ouvri e k ap tann li soti a.
HOS 13:14 Mwen va rachte yo soti anba pouvwa a Sejou mò yo; mwen va rachte yo soti anba lanmò. O lanmò! Kote pikan ou yo? O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an? Repantans va vin kache devan zye M.
HOS 13:15 Malgre li pote fwi pami frè li yo, yon van nan lès va vini; van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a. Sous dlo li va vin sèch, e fontèn dlo li va seche. Li va piyaje trezò tout bagay ki gen valè.
HOS 13:16 Samarie va pote koupabilite li, paske li te fè rebèl kont Bondye li a. Yo va tonbe pa nepe. Timoun piti yo va vin kraze an mòso, epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.
HOS 14:1 Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a. Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.
HOS 14:2 Pran avèk ou menm pawòl yo, pou retounen kote SENYÈ a. Di Li: “Retire tout inikite nou yo, e resevwa nou ak gras Ou, pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.
HOS 14:3 Assyrie p ap sove nou. Nou p ap monte sou cheval; ni nou p ap di ankò a zèv men nou yo: “Ou se dye nou.” Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”
HOS 14:4 “Mwen va geri enfidelite yo; Mwen va renmen yo an abondans, paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.
HOS 14:5 Mwen va tankou Lawouze pou Israël; li va fleri kon flè lis, e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.
HOS 14:6 Boujon li yo va vin pete, e bèlte li va tankou pye doliv etranje a. Li va santi bon kon bèl odè Liban an.
HOS 14:7 Moun yo va rete nan lonbraj li. Yo va reprann fòs tankou sereyal ki jwenn lapli; yo va fleri tankou pye rezen. Y ap fè bon odè tankou diven Liban an.
HOS 14:8 O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl? Se Mwen menm ki okipe l; Mwen tankou yon pye siprè byen vèt; nan Mwen, tout fwi ou sòti.”
HOS 14:9 Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo; Sila ki pridan an, kite li konnen yo. Paske, chemen a SENYÈ yo dwat, e moun ladwati a va mache ladan yo; men transgresè yo va glise tonbe nan yo.
JOE 1:1 Pawòl SENYÈ a te vin kote Joël, fis a Pethuel la.
JOE 1:2 Koute sa ansyen nou yo, koute sa, tout abitan peyi a! Èske yon bagay konsa konn rive nan jou nou yo, oswa nan jou a papa zansèt nou yo?
JOE 1:3 Pale pitit nou yo bagay sa a, e kite pitit nou pale pitit pa yo ak pitit a yon lòt jenerasyon.
JOE 1:4 Sa ke ti krikèt la te kite, gwo krikèt la fin manje. Sa ke gwo krikèt la te kite, ti cheni an te manje. Sa ke ti cheni an te kite, gwo cheni an te manje.
JOE 1:5 Moun sou yo, leve pou nou ka kriye! Rele fò, nou tout k ap bwè diven an, akoz diven dous lan, paske li deja retire pou l kite bouch nou.
JOE 1:6 Paske yon nasyon deja anvayi peyi mwen an, ak gwo pwisans, fòs kantite moun depase kontwòl. Dan l se dan a yon lyon; gwo dan l yo se tankou dan a yon manman lyon.
JOE 1:7 Li te fè chan rezen mwen an vin yon kote gate. Li te rache pye fig mwen an. Li fin rache li nèt nèt, e jete li. Branch yo te vin blanch.
JOE 1:8 Rele fò tankou yon vyèj ki abiye ak twal sak pou fiyanse jenès li ki mouri.
JOE 1:9 Ofrann sereyal ak ofrann bwason an vin kou pe soti lakay SENYÈ a. Prèt yo, sèvitè a SENYÈ a, ap lamante.
JOE 1:10 Chan an vin gate nèt. Peyi a ap fè dèy. Paske tout sereyal la fin gate nèt. Diven nèf la fin seche, lwil fre a vin sispann.
JOE 1:11 Se pou nou pa konprann anyen, O kiltivatè yo! Rele anmwey, O nou menm k ap okipe pye rezen yo! Ble ak lòj la te peri nèt; rekòlt chan an fin detwi.
JOE 1:12 Pye rezen an vin sèch, e pye fig la vin pa donnen. Pye grenad la, pye palmis lan ak pye pòm nan; menm tout pyebwa nan chan an fin cheche. Anverite Lajwa a vin seche soti pami fis a lòm yo.
JOE 1:13 Mare senti nou ak twal sak e kriye fò, O prèt yo, Rele anmwey! O sèvitè a lotèl yo, Vin pase nwit lan ak twal sak, chèf sèvitè a Bondye mwen yo. Paske ofrann sereyal la ak ofrann bwason an p ap antre lakay Bondye nou an.
JOE 1:14 Vin konsakre jèn nan! Pwoklame asanble solanèl lan! Rasanble tout ansyen yo ak tout moun ki rete nan peyi a, pou yo vini lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou kriye fò anvè SENYÈ a.
JOE 1:15 Elas pou jou a! Paske jou SENYÈ a vin pwòch. Li va vini tankou destriksyon ki soti nan Toupwisan an.
JOE 1:16 Èske manje a pa t retire soti devan zye nou? Lajwa ak kè kontan soti lakay Bondye nou an?
JOE 1:17 Jèm yo vin pouri anba bòl tè yo. Depo yo vin abandone. Kay depo yo fin demoli nèt, paske sereyal la vin sispann nèt.
JOE 1:18 Ala plenyen bèt yo plenyen nan gòj! Twoupo bèf yo ap gaye toupatou, paske pa gen patiraj pou yo. Menm bann mouton yo ap soufri.
JOE 1:19 A Ou menm, O SENYÈ, Mwen kriye; paske dife fin devore patiraj nan savann yo, e flanm dife fin brile tout pyebwa nan chan yo.
JOE 1:20 Menm bèt chan yo rele vè Ou menm; paske sous dlo yo fin seche e dife a te devore tout patiraj nan savann yo.
JOE 2:1 Soufle twonpèt la nan Sion, e sone alam nan sou mòn sen Mwen an! Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble, paske jou SENYÈ a ap vini. Anverite, li vin pwòch.
JOE 2:2 Yon jou fènwa ak pèdi espwa, yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès. Tankou solèy k ap leve sou mòn yo; konsa gen yon gwo pèp pwisan. Pa t janm gen yon bagay konsa, ni p ap janm gen anyen ankò, jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.
JOE 2:3 Devan yo, se dife k ap devore, e dèyè yo, se yon flanm k ap brile. Peyi a vin tankou jaden Eden devan yo, men yon savann dezole dèyè yo, e nanpwen anyen ki chape.
JOE 2:4 Aparans yo se tankou aparans cheval la; epi kon yon kavalye kouri cheval li, se konsa yo kouri.
JOE 2:5 Tankou bri cha a k ap vòltije sou tèt mòn yo, se konsa yo sote; tankou bri a yon flanm dife k ap devore pay, se konsa yon gwo pèp ranje li pou batay.
JOE 2:6 Devan yo, pèp yo vin nan gwo soufrans. Tout figi yo vin pal.
JOE 2:7 Yo kouri tankou mesye pwisan yo. Yo monte mi tankou sòlda. Konsa, yo mache byen ranje, ni yo pa kite pa yo.
JOE 2:8 Youn pa jennen lòt. Yo chak mache nan pa yo. Lè y ap eklate travèse defans yo, yo pa kase ran ranje a.
JOE 2:9 Yo kouri sou vil la. Yo kouri sou miray la. Yo antre nan kay yo; nan fenèt yo antre kon vòlè.
JOE 2:10 Devan yo, tè a souke. Syèl yo tranble. Solèy la ak lalin nan vin tou nwa, e zetwal yo vin pèdi briyans yo.
JOE 2:11 Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a. Anverite, kan Li vin byen gran, paske byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a. Anverite, jou SENYÈ a gran. Li tèrib anpil! Se kilès ki ka sipòte li?
JOE 2:12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a, “retounen kote Mwen ak tout kè nou; avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”
JOE 2:13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.” Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an, paske Li plen gras ak mizerikòd, lan nan kòlè, plen ak lanmou dous, e konn ralanti nan fè malè.
JOE 2:14 Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a, pou L kite dèyè Li yon benediksyon, menm yon ofrann sereyal ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.
JOE 2:15 Soufle yon twonpèt nan Sion! Konsakre yon jèn. Pwoklame yon asanble solanèl.
JOE 2:16 Rasanble moun yo. Fè yon asanble ki sen. Reyini ansyen yo. Rasanble timoun ak sila pran tete yo. Kite mesye marye a sòti nan chanm li, e lamarye a sòti nan chanm maryaj la.
JOE 2:17 Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo, kriye antre galri a ak lotèl la, kite yo di: “Epagne pèp Ou a, O SENYÈ! Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch, yon vye mò pami nasyon yo. Poukisa nasyon yo ta dwe di: “Kote Bondye Yo a ye?”
JOE 2:18 Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a, e Li te fè mizerikòd a pèp Li a.
JOE 2:19 SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a: “Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil. Nou va vin satisfè nèt ak yo. Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.
JOE 2:20 Men Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou, Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole. Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la; pwent dèyè a, nan lanmè lwès la. Konsa, sant pouriti li a va vin leve. Movèz odè li va vin monte, paske se gwo bagay li te konn fè.”
JOE 2:21 Pinga nou pè, O peyi a! Rejwi e fè kè nou kontan, paske SENYÈ a te fè gwo bagay.
JOE 2:22 Pa pè, nou menm bèt chan yo; paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt, paske pyebwa a vin bay fwi li. Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.
JOE 2:23 Konsa, se pou nou fè kè kontan, O fis a Sion yo! Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an; paske Li te bay nou lapli bonè nan kantite ki jis, li te fè vide sou nou lapli, premye ak dènye lapli a tankou avan an.
JOE 2:24 Glasi vannen yo va plen ak sereyal, e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.
JOE 2:25 Konsa, Mwen va restore bannou pou ane ke gwo krikèt te manje yo, ak ti krikèt la ki kouri a tè a, ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou, gwo lame ke Mwen menm te voye pami nou.
JOE 2:26 Nou va genyen anpil manje, nou va vin satisfè, e nou va fè lwanj non SENYÈ a, Bondye nou a, ki te aji ak mèvèy avèk nou. Konsa, pèp Mwen an p ap janm vin desi ankò.
JOE 2:27 Konsa, nou va konnen ke Mwen nan mitan Israël, ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, e ke pa gen okenn lòt; epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.
JOE 2:28 Li va vin rive apre sa, ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, e granmoun nou yo va fè vizyon yo.
JOE 2:29 Menm sou sèvitè ak sèvant yo, mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.
JOE 2:30 Mwen va montre mèvèy yo nan syèl la ak sou tè a: san, dife, ak gwo kolòn lafimen.
JOE 2:31 Solèy la va vin tou nwa, e lalin nan tankou san devan gwo jou tèrib SENYÈ a.
JOE 2:32 Epi li va vin rive ke nenpòt moun ki rele non SENYÈ a, li va delivre; paske nan Mòn Sion ak Jérusalem, va gen sila ki chape yo, jan SENYÈ a te di a, menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.
JOE 3:1 “Paske gade byen, nan jou sila yo ak nan lè sa a, lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,
JOE 3:2 Mwen va rasanble tout nasyon yo pou mennen yo desann nan vale Josaphat a. Epi Mwen va antre la nan jijman avèk yo pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël, ke yo te gaye pami nasyon yo. Yo te divize tè Mwen an,
JOE 3:3 epi te voye tiraj osò pou pèp Mwen an. Yo te twoke yon gason pou yon pwostitiye ak yon fi yo vann pou diven, pou yo ta ka bwè.”
JOE 3:4 “Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon, ak tout rejyon a Philistine yo? Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen? Men si Mwen pa jwenn rekonpans byen vit e san delè, Mwen va fè rekonpans nou an retounen sou tèt nou.
JOE 3:5 Akoz nou te pran ajan Mwen ak lò Mwen, e te mennen bagay presye sakre Mwen yo nan tanp nou yo,
JOE 3:6 epi nou te vann fis a Juda ak Jérusalem yo bay Grèk yo pou yo ta ka vin rete lwen tèritwa yo,
JOE 3:7 gade byen, Mwen va fè yo leve soti nan plas kote nou te vann yo a, pou retounen rekonpans nou an sou pwòp tèt nou.
JOE 3:8 Anplis, Mwen va vann fis nou yo ak fi nou yo nan men a fis a Juda yo. Konsa, yo va vann yo bay Sabeyen yo, yon nasyon byen lwen,” paske SENYÈ a fin pale.
JOE 3:9 Pwoklame sa pami nasyon yo: “Prepare nou pou fè lagè! Anime mesye pwisan yo! Kite tout sòlda yo vin pi pre. Kite yo monte kote nou.
JOE 3:10 Bat lam cha pou yo fè epe, ak kwòk rebondaj pou fè lans. Kite moun fèb yo di: ‘Mwen pwisan!’
JOE 3:11 Fè vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo. Rasanble nou ansanm.” Fè desann la, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo.
JOE 3:12 “Kite nasyon yo leve pwòp tèt yo pou vin monte nan vale Josaphat la; paske se la Mwen va chita pou jije tout nasyon ki ozalantou yo.
JOE 3:13 Fè antre boutdigo rekòlt la, paske rekòlt la vin mi. Vin mache foule anba pye, paske pèz diven an vin plen. Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.”
JOE 3:14 Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an! Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an.
JOE 3:15 Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa, e zetwal yo va pèdi briyans yo.
JOE 3:16 Senyè a va gwonde soti nan Sion, e va sone vwa Li soti Jérusalem. Syèl yo ak tè a va tranble, men SENYÈ a se yon refij pou pèp Li a, ak yon sitadèl pou fis Israël yo.
JOE 3:17 Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, k ap viv nan Sion, mòn sen Mwen an. Nan lè sa a Jérusalem va sen, e etranje yo p ap pase ladann ankò.
JOE 3:18 Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf. Nan kolin yo, se lèt ki va koule; tout ravin nan Juda va gen dlo, epi yon sous va sòti lakay SENYÈ a pou awoze vale a Sittim nan.
JOE 3:19 Égypte va vin yon dezè, Edom va vin yon savann dezole, akoz vyolans ki te fèt sou fis Israël yo, akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo.
JOE 3:20 Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.
JOE 3:21 Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo, paske SENYÈ a rete nan Sion.”
AMO 1:1 Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè a.
AMO 1:2 Li te di: “SENYÈ a va gwonde soti nan Sion. Li va fè son vwa Li soti Jérusalem; epi patiraj a bèje yo va fè dèy, e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”
AMO 1:3 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Damas yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon li; akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.
AMO 1:4 Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.
AMO 1:5 Anplis, Mwen va kraze baryè an fè Damas la; Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan, ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden; epi pèp Syrie a va ale an egzil an Kir,” di SENYÈ a.
AMO 1:6 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te depòte tout pèp la, pou livre yo bay Édom.
AMO 1:7 Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a, epi li va devore sitadèl li yo nèt.
AMO 1:8 Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo, ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon. Mwen va tounen men mwen kont Ékron, epi retay a Filisten yo va peri,” di Senyè BONDYE a.
AMO 1:9 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom, e yo pa t sonje akò fratènèl la.
AMO 1:10 Akoz sa, Mwen va voye dife sou miray Tyr la, e li va devore sitadèl li yo.”
AMO 1:11 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe e te refize gen pitye. Mekontantman li te dechire tout tan, e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.
AMO 1:12 Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman, e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”
AMO 1:13 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te chire vant fanm ansent Galaad yo pou agrandi lizyè yo.
AMO 1:14 Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray Rabba a. Li va devore sitadèl li yo nèt, nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la, nan mitan siklòn nan jou tanpèt la.
AMO 1:15 Konsa, wa yo a va antre an egzil, li menm ansanm ak prens li yo,” di Senyè a.
AMO 2:1 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Moab yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz li te brile zo a wa Édom an pou l fè lacho.
AMO 2:2 Pou sa, Mwen va voye dife sou Moab e li va devore sitadèl Kérijoth yo. Moab va mouri nan mitan gwo zen, kri lagè ak son a twonpèt.
AMO 2:3 Anplis, Mwen va koupe retire jij la nan mitan yo, e touye tout prens li yo ansanm avè l,” di SENYÈ a.
AMO 2:4 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te rejte lalwa SENYÈ a, e yo pa t kenbe règleman Li yo; manti yo te koz yo vin egare, dèyè sila menm papa zansèt yo te mache.
AMO 2:5 Pou sa, Mwen va voye dife sou Juda, e li va devore palè a Jérusalem yo.”
AMO 2:6 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat, Mwen p ap retire pinisyon an; akoz yo te vann sila ki dwat yo pou lajan, e malere yo pou achte de grenn sapat.
AMO 2:7 Sila yo k ap foule tèt a malere a, jis pou l rive nan pousyè, k ap refize bay jistis a oprimen a. Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan pou yo ka pwofane non sen Mwen an.
AMO 2:8 Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl, sou vètman ki te pran kon garanti yo. Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven an ki te bay pou peye amann yo.
AMO 2:9 Malgre sa, se te Mwen menm ki te detwi Amoreyen yo devan yo, malgre wotè yo te tankou wotè a pye palmis e yo te gen fòs tankou bwadchenn. Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.
AMO 2:10 “Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti peyi Égypte la. E Mwen te mennen nou nan dezè a pandan karantan, pou nou ta ka posede peyi Amoreyen yo.
AMO 2:11 Mwen te fè leve kèk nan fis nou yo kon pwofèt, e kèk nan jennonm nou yo kon Nazareyen. Èske se pa sa, fis Israël yo?” di SENYÈ a.
AMO 2:12 Men, nou te fè Nazareyen yo bwè diven, e nou te kòmande pwofèt yo. Nou te di yo: “Pa pwofetize!”
AMO 2:13 Gade byen, Mwen va peze nou anba chaj, kon kabwa chaje lè l plen chaj sereyal.
AMO 2:14 Kouri kite p ap posib, menm pou sila ki pi vit la; Sila ki dyanm lan, p ap ka ranfòse fòs li, ni sila ki pwisan an, p ap ka delivre tèt li.
AMO 2:15 Ni sila ki fò ak banza a, p ap ka kanpe. Sila ki rapid a pye a p ap ka delivre tèt li. Sila ki konn monte cheval la p ap chape.
AMO 2:16 Menm pi brav pami gèrye yo va chape poul yo toutouni nan jou sa a”, di SENYÈ a.
AMO 3:1 Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen fè monte soti nan peyi Égypte la:
AMO 3:2 “Nou sèlman, Mwen te chwazi pami tout fanmi sou latè yo. Akoz sa, Mwen va pini nou pou tout inikite nou yo.”
AMO 3:3 Èske de mache ansanm, san yo pa antann yo?
AMO 3:4 Èske yon lyon va gwonde nan rak bwa san ke li pa kaptire yon bagay? Èske yon jèn ti lyon ka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen?
AMO 3:5 Èske yon zwazo ka kenbe nan yon pèlen atè, si resò a pa t rale? Èske pèlen an ka vòltije sòti atè, san ke li gen yon bagay pou kenbe?
AMO 3:6 Èske twonpèt sone nan vil la, san pèp la p ap pè? Èske malè kon rive nan yon vil, san ke SENYÈ a ki fè l?
AMO 3:7 Anverite, SENYÈ a p ap fè anyen, san Li pa aveti sèvitè li yo, pwofèt yo.
AMO 3:8 Yon lyon fin gwonde! Se kilès ki p ap pè? SENYÈ a fin pale! Se kilès ki ka refize pwofetize?
AMO 3:9 Pwoklame sou sitadèl Asdod yo, ak sitadèl peyi Égypte yo. Di yo konsa: Rasanble nou sou mòn Samarie yo pou wè gwo zen ki anndan yo, ak opresyon ki nan mitan yo.
AMO 3:10 “Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a, “sila yo k ap kache piyaj yo ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”
AMO 3:11 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon lènmi va ranvwaye peyi a. Li va rale desann barikad ou yo, episitadèl ou yo va piyaje.”
AMO 3:12 Konsa pale SENYÈ a: Menm jan bèje a rache de janm soti nan bouch lyon an, oswa yon mòso zòrèy, konsa, fis Israël ki rete Samarie yo, alèz sou bèl mèb yo, ak kousen swa yo sou kabann nan, va vin chape.
AMO 3:13 “Tande, e fè temwaye kont kay Jacob la,” di Senyè BONDYE a, Bondye dèzame yo.
AMO 3:14 “Paske nan jou ke Mwen va vizite transgresyon Israël yo sou li, Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo. Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt. Yo va tonbe atè.
AMO 3:15 Kay sezon livè a, Mwen va frape ansanm avèk kay sezon lete a. Kay livwa yo va vin peri, e gran mezon yo p ap la ankò,” di Senyè a.
AMO 4:1 Tande pawòl sa a, nou menm, vach Basan k ap rete sou mòn Samarie yo, k ap oprime malere, k ap kraze sila ki nan bezwen yo, ki di a mari nou yo: “Pote bwason nou!”
AMO 4:2 Senyè BONDYE a te sèmante pa sentete Li, “Gade byen, jou yo ap vini sou nou, lè yo va rache pran nou ak kwòk vyann, e dènye bout nan nou ak gaf pwason.
AMO 4:3 Nou va sòti atravè brèch miray yo, nou chak tou dwat devan li a, e konsa, nou va jete nan sitadèl la,” deklare SENYÈ a.
AMO 4:4 “Antre nan Béthel pou fè peche; nan Guilgal pou miltipliye peche yo! Pote sakrifis nou yo chak maten, dim nou yo chak twa jou.
AMO 4:5 Ofri yon ofrann remèsiman, sitou sa ki gen ledven ladann, epi pwoklame ofrann bòn volonte yo. Fè l parèt wo pou moun wè! Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm, fis Israël yo,” deklare SENYÈ a.
AMO 4:6 “Men Mwen te bay nou anplis, dan netwaye nan tout vil nou yo, ak mank pen tout kote. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
AMO 4:7 Anplis de sa, Mwen te fè lapli sispann pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la. Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil pandan Mwen te refize li nan yon lòt. Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t resevwa lapli a te seche.
AMO 4:8 Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan yon lòt pou bwè dlo, men yo pa t satisfè; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen, deklare SENYÈ a.
AMO 4:9 Mwen te frape nou ak van cho, ak lakanni; epi cheni te devore jaden ak chan rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
AMO 4:10 “Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou, tankou sa ki te konn rive an Égypte yo. Mwen te touye jenn mesye nou yo ak nepe, e te retire cheval nou yo. E Mwen te fè movèz odè kan nou an, monte antre nan nen nou. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
AMO 4:11 “Mwen te boulvèse kèk nan nou nèt, jan Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe. Nou te tankou yon bout bwa byen cho ki te rache soti nan dife; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
AMO 4:12 “Akoz sa, se konsa Mwen va fè ou, O Israël! Paske se sa Mwen va fè ou; prepare pou rankontre Bondye ou a, O Israël.
AMO 4:13 Paske gade byen, Sila ki fòme mòn yo, ki kreye van an, e ki deklare a lòm tout refleksyon li yo; sila ki fè jou leve nan fènwa a, e ki foule wo plas sou latè yo; SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.”
AMO 5:1 Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan; Yon plent konsi, pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël:
AMO 5:2 Li fin tonbe, li p ap leve ankò— Vyèj Israël la. Li kouche byen neglije sou tèren li; nanpwen moun ki pou leve l.
AMO 5:3 Paske, konsa pale Senyè BONDYE a: “Vil ki te gen mil sòlda soti, va gen san ki rete, e sila ki gen san ki ale yo, va gen dis ki rete pou lakay Israël.”
AMO 5:4 Paske, konsa pale SENYÈ a a lakay Israël: “Chache Mwen pou nou ka viv.
AMO 5:5 Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal, ni travèse Beer-Schéba. Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite e gwo twoub va rive Béthel.
AMO 5:6 Chache SENYÈ a pou nou ka viv, sinon Li va eklate kon dife nan lakay Joseph, e li va devore san pa gen okenn moun ki pou etenn li Béthel.
AMO 5:7 Nou menm ki fè jistis vin tounen lanvè, e ki jete ladwati rive jis atè yo,
AMO 5:8 Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo, ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten, ki etenn lajounen pou fè lannwit, ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a; SENYÈ a, se non L.
AMO 5:9 Se Li menm ki jayi ak destriksyon sou moun pwisan yo, jiskaske destriksyon sa a rive sou sitadèl la.
AMO 5:10 Yo rayi sila k ap reprimande nan pòtay la ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.
AMO 5:11 Konsa, akoz nou foule malere a, e egzije taks nan ble sou li, akoz nou fin bati bèl kay ak wòch byen taye, malgre nou pa menm rete nan yo, konsa, nou fin plante bèl chan rezen yo, men nou p ap bwè diven yo.
AMO 5:12 Paske Mwen konnen transgresyon nou yo vin anpil e peche nou yo vin gran; nou menm ki boulvèse moun dwat yo, ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo, e ki detounen malere a nan pòtay la.
AMO 5:13 Alò nan yon tan konsa, sila ki saj la oblije rete an silans, paske tan an vin plen ak mechanste.
AMO 5:14 Chache sa ki bon e pa sa ki mal, pou nou ka viv; epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou, jis jan nou te pale a!
AMO 5:15 Rayi mal e renmen sa ki bon, e etabli jistis nan pòtay la! Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo ka fè gras a retay Joseph la.”
AMO 5:16 Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di : “Va gen gwo lamantasyon tout kote e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’ Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy, yo va peye moun pou l fè lamantasyon.
AMO 5:17 Epi nan tout chan rezen yo, va gen gwo kri, paske Mwen va pase nan mitan nou”, di SENYÈ a.
AMO 5:18 Elas pou nou menm ki anvi wè jou SENYÈ a! Pouki sa nou anvi wè jou SENYÈ a? Li va yon jou tenèb olye limyè.
AMO 5:19 Tankou lè yon nonm kouri kite yon lyon pou l rankontre yon lous; oswa pou l rive lakay li, apiye men l sou mi kay la, pou yon koulèv vin mòde l.
AMO 5:20 Èske jou SENYÈ a p ap yon jou tenèb olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann?
AMO 5:21 Mwen rayi, Mwen va refize aksepte fèt nou yo, ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.
AMO 5:22 Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo; ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a bèt gra nou yo.
AMO 5:23 Retire sou Mwen bri a chanson nou yo; Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.
AMO 5:24 Men kite jistis koule desann tankou dlo, e ladwati tankou yon gwo larivyè,
AMO 5:25 Èske nou te pote ban Mwen ofrann sakrifis ak ofrann sereyal nan dezè a pandan karant ane yo, O lakay Israël?
AMO 5:26 Anplis nou te pote Sikkuth, wa nou an, ak Kiyyun, imaj nou yo, ak zetwal dye nou, ke nou te fè pou nou menm yo.
AMO 5:27 “Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo.
AMO 6:1 Malè a sila ki alèz nan Sion yo, e ak sila ki santi yo ansekirite nan mòn Samarie yo, mesye ki distenge pami meyè nan nasyon yo, a sila lakay Israël konn vini yo.
AMO 6:2 Ale janbe kote Calné pou gade. Soti la rive Hamath Gran an, pou desann kote Gath de Filisten yo. Èske yo pi bon ke wayòm sila yo? Èske tèritwa pa yo a pi gran pase pa nou an?
AMO 6:3 Malè a nou ki konn ranvoye jou malè! Ka pote sant vyolans lan vin pi pre!
AMO 6:4 K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo, k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo, e k ap manje jenn mouton ki soti nan pak la, ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;
AMO 6:5 sila ki enpwovize ak son ap la, ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;
AMO 6:6 Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo onksyone kò yo ak pi bon lwil yo, malgre sa, yo pa kriye pou Joseph, ki fin devaste nèt la.
AMO 6:7 Akoz sa, yo va antre an egzil nan tèt a egzile yo. Banbòch a sanzave yo va sispann.
AMO 6:8 Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm, SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare: “Mwen rayi awogans a Jacob la, e Mwen deteste sitadèl li yo. Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”
AMO 6:9 Epi li va vin rive ke si genyen dizòm ki rete nan yon kay, yo va mouri.
AMO 6:10 Alò tonton a youn, oswa mèt mòg k ap antere la, va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a pa dwe nonmen menm.”
AMO 6:11 “Paske gade byen, SENYÈ a pral kòmande pou gwo lakay la vin kraze nèt, e ti kay la an ti mòso.
AMO 6:12 Èske cheval konn kouri sou wòch, oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf? Konsa, nou te fè Lajistis vin tounen pwazon e fwi ladwati vin anmè nèt.
AMO 6:13 Nou menm k ap rejwi nan yon bagay ki pa anyen, epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj nou nou rive pran kòn nan pou nou?’
AMO 6:14 Paske gade byen, Mwen pral leve yon nasyon kont nou, O lakay Israël,” deklare SENYÈ Bondye dèzame yo; “e yo va aflije nou soti nan antre Hamath pou rive jis nan flèv Araba a.”
AMO 7:1 Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la.
AMO 7:2 Epi li te vin rive lè li te fin manje tout plant peyi a, ke m te di: “Senyè BONDYE, souple, padone! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
AMO 7:3 SENYÈ a te repanti de sa. “Sa p ap rive,” SENYÈ a te di.
AMO 7:4 Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren an.
AMO 7:5 Epi mwen te di: “Senyè, souple, sispann! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
AMO 7:6 SENYÈ a te repanti de sa. “Sa a tou, p ap rive”, Senyè BONDYE a te di.
AMO 7:7 Konsa Li te monte m, e gade byen, Senyè a te kanpe akote yon mi ki monte ak yon filaplon nan men L.
AMO 7:8 SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?” Mwen te di: “Yon filaplon.” Konsa, Senyè a te di: “Gade byen, Mwen prèt pou plase yon filaplon nan mitan pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap kite yo chape ankò.
AMO 7:9 Wo plas Isaac yo va vin abandone, e sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”
AMO 7:10 Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo.
AMO 7:11 Paske konsa Amos di: ‘Jéroboam va mouri pa nepe a, e Israël va anverite kite peyi li pou ale an egzil.’”
AMO 7:12 Amatsia te di a Amos: “Ale, ou menm ki divinò, sove ale nan peyi Juda. Manje pen e pwofetize la!
AMO 7:13 Men pa pwofetize nan Béthel, paske se sanktyè ak rezidans a wa a!”
AMO 7:14 Konsa, Amos te reponn a Amatsia: “Mwen pa t yon pwofèt, ni mwen pa t fis a yon pwofèt; men mwen te yon gadyen bèt ak yon kiltivatè pye fig frans.
AMO 7:15 Men SENYÈ a te retire mwen soti dèyè bann mouton an, e SENYÈ a te di mwen: ‘Ale pwofetize a pèp Mwen an, Israël.’
AMO 7:16 Konsa, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël, ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’
AMO 7:17 Akoz sa, SENYÈ a di: ‘Madanm ou va devni yon pwostitiye nan vil la, fis ou yo ak fi ou yo va tonbe pa nepe, peyi ou a va divize ak yon lign apantaj, e ou menm, ou va mouri nan yon peyi ki pa pwòp. Anplis, Israël va anverite kite peyi li a pou li ale an egzil.’”
AMO 8:1 Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, te gen yon panyen fwi gran sezon.
AMO 8:2 Li te di: “Kisa ou wè, Amos?” Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.” Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap pwoteje yo ankò.
AMO 8:3 Kantik a tanp lan va tounen chan lamantasyon nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a. “Kadav yo va anpil. Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.
AMO 8:4 Tande sa, nou menm k ap vale malere yo nèt, pou mete fen a tout pòv yo,
AMO 8:5 k ap di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini pou nou ka vann sereyal la? Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a? N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo. Anplis, n ap twonpe ak balans malonèt,
AMO 8:6 pou achte sila ki san sekou a pou lajan, ak malere a pou de grenn sapat. Menm balizaj ble a n ap vann!’”
AMO 8:7 SENYÈ a te sèmante pa glwa Jacob la: “Anverite, Mwen p ap janm bliye okenn nan zak yo.
AMO 8:8 Akoz sa, èske peyi a p ap pran tranble, e tout moun ki rete ladann p ap fè lamantasyon? Anverite, tout peyi a va leve tankou Rivyè Nil lan. Li va vin ajite toupatou e bese tankou Rivyè Égypte la.
AMO 8:9 Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a, ke Mwen va fè solèy la desann a midi, e mwen va fè tè a nan fènwa nan plen jounen.
AMO 8:10 Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy; tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon. Mwen va fè nou pote twal sak sou senti a tout moun, ak tèt chòv sou tout tèt. Mwen va fè li tankou yon moman dèy pou yon sèl fis inik, e lafen li tankou yon jou anmè.
AMO 8:11 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare Senyè BONDYE a, “lè Mwen va voye gwo grangou sou peyi a, pa yon grangou pou pen oswa pou dlo, men pou koute pawòl SENYÈ a.
AMO 8:12 Pèp la va kilbite tou egare sòti nan yon lanmè pou rive nan lòt lanmè, e sòti nan nò pou rive menm nan lès; yo va gaye toupatou pou chache pawòl SENYÈ a, men yo p ap jwenn li.
AMO 8:13 Nan jou sa a, bèl tifi vyèj yo ak jennonm yo va vin endispoze akoz swaf la.
AMO 8:14 Menm jan pou sila ki sèmante pa peche Samarie a, ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O Dan!’ e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’; yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”
AMO 9:1 Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an mòso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va touye rès yo ak nepe. Yo p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape.
AMO 9:2 Menmsi yo ta fouye antre nan sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann.
AMO 9:3 Menmsi yo kache sou tèt mòn Carmel la, Mwen va chèche fè yo soti la; epi menmsi yo ta kache kò yo anba nan pwofondè lanmè a, mwen va kòmande sèpan an, e li va mòde yo.
AMO 9:4 Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen.
AMO 9:5 Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki touche tè a pou li fann, e tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la.
AMO 9:6 Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li.
AMO 9:7 Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir?
AMO 9:8 Gade byen, zye a Senyè BONDYE a sou wayòm nan ki plen peche a; Mwen va detwi l soti sou sifas tè a. Sepandan Lakay Jacob la p ap detwi nèt,” deklare SENYÈ a.
AMO 9:9 “Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè.
AMO 9:10 Tout pechè pami pèp Mwen an va mouri pa nepe, sila yo k ap di: ‘Malè pa rive sou nou ni parèt devan nou.’
AMO 9:11 Nan jou sa a, Mwen va fè leve Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo;
AMO 9:12 pou yo kapab vin posede retay Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.
AMO 9:13 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a, “lè sila k ap raboure a va depase sila k ap rekòlte a, e sila k ap foule rezen an va depase sila k ap simen grenn nan; lè mòn yo va degoute diven dous e tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.
AMO 9:14 Anplis, Mwen va restore pèp Mwen an, Israël, ki an kaptivite a, e yo va rebati vil ki kraze nèt yo pou yo viv ladan yo. Anplis, yo va plante chan rezen yo pou bwè diven yo; epi fè jaden pou manje fwi yo.
AMO 9:15 Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo, e yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a, Bondye Ou a.
OBA 1:1 Vizyon Abdias la. Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan Édom. Nou te tande yon rapò soti nan SENYÈ a, yon mesaje te voye pami nasyon yo. Li t ap di: “Leve, annou ale goumen kont li”—
OBA 1:2 Gade byen, Mwen va fè ou vin piti pami nasyon yo. Ou vin meprize anpil.
OBA 1:3 Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?”
OBA 1:4 “Menmsi nou bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a.
OBA 1:5 Si vòlè te vin kote nou, vòlè nan lannwit yo— o ala devaste nou va vin devaste— èske yo pa t ap vòlè sèlman pou yo ta jwenn ase? Si ranmasè rezen yo te rive kote nou èske yo pa t ap kite kèk ti rès?
OBA 1:6 Ala depouye Ésaü va vin depouye! Ala fouye yo va fouye trezò kache li yo!
OBA 1:7 Tout sila ki fè alyans avèk nou yo va voye nou kote fwontyè a. Sila ki anpè ak nou yo te twonpe nou, e yo deja genyen nou. Zanmi ki manje pen nou yo ap fè pèlen pou nou. Nanpwen bon konprann nan li.
OBA 1:8 Èske Mwen p ap nan jou sa a, deklare SENYÈ a; “Detwi mesye saj Édom yo, e retire bon konprann ki soti sou mòn Ésaü a?
OBA 1:9 Answit, mesye pwisan nou yo va vin enkyete, O Théman, jis tout kapab koupe retire nèt de mòn Ésaü ak gwo masak.
OBA 1:10 Akoz vyolans anvè frè nou Jacob, nou va vin kouvri ak wont, e nou va vin koupe retire nèt jis pou tout tan.
OBA 1:11 Nan jou ke nou te kanpe a distans, nan jou ke etranje yo te bwote tout byen li, lòt nasyon yo te antre nan pòtay li, e te fè tiraj osò pou Jérusalem—nou menm tou te sanble ak yo.
OBA 1:12 Pa vin rejwi ou nan jou malè frè ou a, ni pa rejwi ou sou fis a Juda yo nan jou destriksyon yo a. Pa anfle ou menm nan jou malè yo.
OBA 1:13 Pa antre nan pòtay pèp Mwen an nan jou malè yo. Ni pa rejwi ou de gwo dega nan jou malè yo. Pa piyaje byen yo nan jou malè yo.
OBA 1:14 Pa kanpe nan kafou chemen pou touye sila k ap sove ale sòti nan yo. Epi pa livre a lènmi sila ki chape nan jou malè yo.
OBA 1:15 Paske jou SENYÈ a ap rapwoche sou tout nasyon yo! Jan ou te fè a, se konsa yo va fè ou.
OBA 1:16 Paske menm jan ou te bwè sou mòn sen Mwen an, Konsa tout nasyon yo va bwè tout tan. Yo va bwè, yo va vale, l ap vin konsi yo pa t janm te la.
OBA 1:17 Men sou mòn Sion, va genyen sila ki chape yo, e mòn sa va sen. Epi lakay Jacob va posede posesyon yo.
OBA 1:18 Answit, lakay Jacob va vin yon dife, e lakay Joseph va vin yon flanm; men lakay Ésaü va vin kon pay. Konsa, yo va limen dife sou yo pou brile yo nèt pou pa gen ki rete lakay Ésaü ankò,” paske SENYÈ a fin pale.
OBA 1:19 Moun Negev la va vin posede mòn a Ésaü ak sila a Schfela yo, gwo plèn Philistie a. Yo va posede tèritwa Éphraïm, tèritwa Samarie, e Benjamin va vin posede Galaad, tou.
OBA 1:20 Epi egzile a lame fis Israël sa a, ki pami Kananeyen yo, va posede jis rive Sarepta, e egzile Jérusalem ki Sepharad yo va vin posede vil Negev yo.
OBA 1:21 Liberatè yo va monte Mòn Sion pou jije mòn Ésaü a e wayòm nan va vin pou SENYÈ a.
JON 1:1 Pawòl SENYÈ a te vini a Jonas, fis a Amitthaï a. Li te di:
JON 1:2 “Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske mechanste yo monte devan Mwen.”
JON 1:3 Men Jonas te leve al kacheTarsis pou evite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l envite prezans SENYÈ a.
JON 1:4 Men SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt.
JON 1:5 Answit, ouvriye bato yo te vin pè e yo chak te kriye a pwòp dye pa yo. Yo te vide chaj ki te nan bato a nan lanmè a pou te fè l pi lejè. Men Jonas te ale anba nan fon bato a, epi kote li te kouche a, li te tonbe dòmi.
JON 1:6 Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve rele dye pa ou a. Petèt dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”
JON 1:7 Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e sò a te tonbe sou Jonas.
JON 1:8 Konsa yo te di li: “Pale nou koulye a! Sou kont a kilès malè sa a rive nou an? Ki metye ou? Epi ki kote ou sòti? Ki peyi ou? Nan ki pèp ou sòti?”
JON 1:9 Li te di yo: “Mwen se yon Ebre, e mwen gen lakrent pou SENYÈ Bondye syèl la, ki te fè lanmè a ak tè sèch la.”
JON 1:10 Pou sa a, mesye yo te vin pè anpil e yo te di li: “Kisa ou te fè la?” Paske mesye yo te deja konprann ke li t ap sove ale sòti kite prezans a SENYÈ a, akoz sa li te di yo.
JON 1:11 Konsa, yo te di l: “Kisa pou nou ta fè ou pou lanmè a vin kalm pou nou?” Paske lanmè a t ap vin pi move plis toujou.
JON 1:12 Li te di yo: “Leve mwen, jete m nan lanmè a. Konsa, lanmè va vin kalm pou nou; paske mwen konnen ke se akoz mwen menm ke gwo tanpèt sa a rive sou nou.”
JON 1:13 Sepandan, mesye yo te bouje zaviwon yo fò pou yo ta ka rive atè, men yo pa t kapab, paske lanmè a te vin pi move kont yo.
JON 1:14 Pou sa a, yo te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, pa kite nou peri sou kont a nonm sila a, ni pa mete san inosan sou nou; paske Ou menm, O SENYÈ, Ou fè sa ki fè Ou plezi.”
JON 1:15 Konsa, yo te leve Jonas, yo te voye li nan lanmè a, e lanmè a te vin sispann anraje.
JON 1:16 Epi mesye yo te vin krent SENYÈ a anpil. Yo te ofri yon sakrifis a SENYÈ a e te fè ve yo a Li menm.
JON 1:17 Epi SENYÈ a te chwazi yon gwo pwason pou vale Jonas, e Jonas te nan vant pwason an pandan twa jou ak twa nwit.
JON 2:1 Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi nan vant pwason an.
JON 2:2 Li te di: “Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a, e Li te reponn mwen. Mwen te kriye pou sekou depi nan pwofondè sejou mò yo. Ou te tande vwa mwen.
JON 2:3 Ou te jete mwen nan gwo pwofondè a, nan kè lanmè yo, e gwo kouran dlo a te vale mwen. Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè ou yo te pase sou mwen.
JON 2:4 Konsa, mwen te di: ‘Mwen te vin chase lwen fas ou. Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’
JON 2:5 Dlo te antoure mwen jiskaske m rive nan pwen lanmò. Gwo pwofondè a te vale mwen; zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.
JON 2:6 Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo. Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan, men Ou te leve lavi m monte soti nan fòs la, O SENYÈ Bondye mwen an!
JON 2:7 “Pandan mwen t ap vin endispoze nèt, Mwen te sonje SENYÈ a e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.
JON 2:8 Sila ki konsidere zidòl san valè yo abandone tout sous mizerikòd,
JON 2:9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm ak vwa aksyon de gras la. Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli. Sali a sòti nan SENYÈ a.”
JON 2:10 Epi SENYÈ a te kòmande pwason an e li te vomi Jonas sou tè sèch la.
JON 3:1 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jonas pou yon dezyèm fwa. Li te di:
JON 3:2 “Leve ale Ninive, gwo vil la e pwoklame a li menm tout pwoklamasyon ke Mwen va pale ou yo.”
JON 3:3 Konsa, Jonas te ale Ninive selon pawòl SENYÈ a. Alò, Ninive te tèlman yon gwo vil, li te pran twa jou ap mache pou travèse l.
JON 3:4 Jonas te kòmanse travèse vil la pandan yon jou. Li te kriye fò e te di: “Nan karant jou, Ninive va detwi nèt.”
JON 3:5 Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo.
JON 3:6 Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann.
JON 3:7 Li te pibliye yon pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a, ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo.
JON 3:8 Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo.
JON 3:9 Kilès ki konnen, petèt Bondye va repanti, e ralanti sou gwo kòlè Li a pou nou pa peri.”
JON 3:10 Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te vire kite chemen mechan yo a, alò Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.
JON 4:1 Men sa te fè Jonas pa kontan anpil e li te vin fache.
JON 4:2 Li te priye a SENYÈ a. Li te di: “Souple, SENYÈ, èske se pa sa ke m te di lè m te nan pwòp peyi mwen an? Alò, se pou m te evite sa ki fè m te sove ale rive Tarsis. Paske mwen te konnen ke Ou se yon Bondye ki plen gras ak mizerikòd, ki lan nan kòlè, ki ranpli ak lanmou dous, e Ou se Sila ki ralanti selon malè a.
JON 4:3 Alò, pou sa, koulye a, O SENYÈ, souple, pran lavi mwen. Paske lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”
JON 4:4 SENYÈ a te di: “Èske ou gen bon rezon pou ou fache a?”
JON 4:5 Epi Jonas te sòti nan vil la e te chita sou kote lès la. La, li te fè yon tonèl pou li menm, e li te chita anba l nan lonbraj jis pou l ta wè sa ki ta rive nan vil la.
JON 4:6 Konsa, SENYÈ Bondye a te chwazi yon plant lyann. Lyann nan te monte grandi sou Jonas pou l ta sèvi kon abri sou tèt li, pou delivre l de mekontantman li an. Epi lyann nan te fè Jonas byen kontan.
JON 4:7 Men Bondye te chwazi yon cheni nan granmmaten nan pwochen jou a. Li te atake lyann nan e li te vin fennen.
JON 4:8 Lè solèy la te leve, Bondye te chwazi yon van lès byen cho, solèy la te bat tèt Jonas jiskaske li te vin fèb. Konsa, li t ap mande ak tout nanm li, e te di: “Lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”
JON 4:9 Epi Bondye te di a Jonas: “Èske ou gen bon rezon pou fache akoz lyann nan?” Jonas te reponn: “Mwen gen bon rezon pou m fache, menm jiska lanmò.”
JON 4:10 Konsa, SENYÈ a te di: “Ou te gen konpasyon pou plant sila ke ou pa t fè okenn travay pou li a, ke ou menm pa t fè grandi, ki te vin parèt nan yon nwit e te vin peri nan yon nwit.
JON 4:11 Èske Mwen pa ta dwe gen konpasyon pou Ninive, gwo vil la, nan sila ki genyen plis ke san-ven-mil moun ki pa konn diferans antre men dwat ak men goch yo ak yon gwo kantite bèt, tou?”
MIC 1:1 Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.
MIC 1:2 Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
MIC 1:3 Paske gade byen, SENYÈ a ap vin sòti nan plas Li a. Li va vin desann pou foule wo plas latè yo.
MIC 1:4 Mòn yo fann anba Li; Vale yo fann tankou lasi devan dife, tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.
MIC 1:5 Tout sa se pou rebelyon a Jacob la ak pou peche Israël la. Se kisa ki rebelyon a Jacob la? Èske se pa Samarie? Se kisa ki wo plas a Juda yo? Èske se pa Jérusalem?
MIC 1:6 Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil mazi nan yon chan louvri, tankou yon kote pou plante yon chan rezen. Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a, e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo.
MIC 1:7 Tout zidòl li yo va vin kraze nèt, tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a, e tout zidòl li yo Mwen va detwi; paske se pou salè a yon pwostitiye ke li te ranmase yo, e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.
MIC 1:8 Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò. Mwen oblije ale pye atè ak toutouni. Mwen oblije fè lamantasyon tankou chen mawon, plenyen tankou otrich!
MIC 1:9 Paske blesi li a p ap ka geri; paske li fin rive nan Juda. Li rive nan pòtay a pèp mwen an, menm Jérusalem.
MIC 1:10 Pa pale sa nan Gath. Pa kriye menm. Nan Beth-Leaphra mwen te woule kò mwen nan pousyè.
MIC 1:11 Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir; nan lawont ak toutouni ou. Moun Tsaanan p ap chape. Plenyen Beth-Haëtsel la: Li va retire sou ou tout soutyen li.
MIC 1:12 Paske moun Maroth vin fèb nan tann sa ki bon, akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a, rive nan pòtay Jérusalem nan.
MIC 1:13 Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun Lakis! Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an— akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.
MIC 1:14 Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath. Lakay Aczib yo va vin yon desepsyon pou wa Israël yo.
MIC 1:15 Anplis, Mwen va mennen bay nou sila k ap pran posesyon nou an, O nou menm k ap viv nan Maréscha yo! Glwa Israël la va antre menm nan Adullam.
MIC 1:16 Vin chòv nèt; koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an. Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg, paske yo te ale an egzil kite ou!
MIC 2:1 Malè a sila k ap fè plan inikite yo, k ap manevre mechanste sou kabann yo! Lè maten rive, yo pratike li, paske sa nan pouvwa a men yo.
MIC 2:2 Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo, kay yo, e konsa yo pran yo. Yo oprime yon nonm ak kay li, Yon nonm ak tout eritaj li.
MIC 2:3 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap fè yon plan kont pèp sa a, yon malè k ap fè nou p ap ka retire kou nou; ni nou p ap ka mache ak awogans, paske sa se yon move tan.
MIC 2:4 Nan jou sa a, yo va fè leve kont nou yon pawòl; mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris. Yo va di: ‘Nou fin detwi nèt! Li divize eritaj a pèp mwen an. A la retire, Li retire l nan men mwen! Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”
MIC 2:5 Akoz sa, nou p ap gen pèsòn ki va tann lign mezi pou fè tiraj osò nan asanble SENYÈ a.
MIC 2:6 “Pa pwofetize”!—yo pwofetize— “Pa pwofetize de bagay de sila yo. Repwòch sa yo p ap janm rive nou.”
MIC 2:7 Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob? “Èske Lespri SENYÈ a pa an kolè? Èske bagay sa yo se zèv pa Li? Èske pawòl Mwen yo pa fè byen pou sila k ap mache dwat la?”
MIC 2:8 Men koulye a, pèp Mwen an leve tankou yon ènmi. Nou chire retire manto ak abiman de sila k ap pase pa aza yo; moun k ap retounen, soti nan lagè.
MIC 2:9 Fanm a pèp Mwen yo, nou chase yo deyò pou soti kite bèl ti kay yo. Nan men jèn pitit yo, nou rache retire tout benediksyon Mwen, jis pou tout tan.
MIC 2:10 Leve ale! Se pa isit ou ap jwenn repo; li plen ak sa ki pa pwòp, sa kab detwi, menm avèk yon destriksyon byen grav.
MIC 2:11 Si yon nonm ap mache nan yon lespri manti pou l di: “Mwen va pale avèk nou konsènan diven ak bwason fò,” li ta kapab menm vin pwofèt a pèp sa a.
MIC 2:12 Anverite, Mwen va rasanble nou tout, O Jacob! Anverite, Mwen va ranmase retay Israël yo. Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak; tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo. Y ap plenn ak moun.
MIC 2:13 Sila k ap ouvri kraze chemen an va ale devan yo. Yo kraze pòtay la pou soti. Se wa yo ki pase devan yo, ak SENYÈ a a latèt yo.
MIC 3:1 Konsa, mwen te di: “Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila k ap gouvène lakay Israël yo. Èske nou pa dwe konnen lajistis?
MIC 3:2 Nou menm ki rayi sa ki bon, e ki renmen sa ki mal; ki chire po yo sou kò yo, ak chè yo soti sou zo yo;
MIC 3:3 k ap anplismanje chè pèp Mwen an, chire po yo sou yo, kraze zo yo e koupe yo an mòso, tankou se pou mete nan chodyè, tankou vyann nan bonm nan.
MIC 3:4 Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a, men Li p ap reponn yo. Olye de sa, nan lè sa a, Li va kache figi li a yo menm, akoz yo te pratike zak ki mechan.”
MIC 3:5 Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.
MIC 3:6 Akoz sa, li fènwa sou nou—san vizyon e fènwa pou nou—san apèsi davni. Solèy la va kouche sou pwofèt yo, e lajounen va vin fènwa sou yo.
MIC 3:7 Vwayan yo va wont e divinò yo va nan konfizyon. Anverite, yo tout va kouvri bouch yo akoz Bondye pa reponn.
MIC 3:8 Men kanta mwen menm, mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a, ak jistis ak kouraj Li, pou fè Jacob konnen zak rebelyon li an; menm a Israël, peche pa l la.
MIC 3:9 Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo, ak sila k ap gouvène lakay Israël yo, ki rayi jistis, e ki vire tòde tout sa ki dwat,
MIC 3:10 Ki bati Sion ak san koule, e Jérusalem ak vyolans e enjistis.
MIC 3:11 Chèf li yo fè jijman pou jwenn sa ki glise anba tab, e prèt li yo enstwi pou kòb, pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan. Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a. Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou? Okenn malè p ap rive sou nou.”
MIC 3:12 Konsa, akoz nou menm, Sion va vin raboure tankou yon chan, e Jérusalem va vin yon pil mazi, e mòn tanp lan va devni tankou wo plas yo nan forè a.
MIC 4:1 Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo. Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo va kouri kon dlo pou rive kote l.
MIC 4:2 Anpil nasyon va vin di: “Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a, lakay Bondye Jacob la, pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo e pou nou ka mache sou pa Li yo.” Paske depi nan Sion, lalwa va sòti e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.
MIC 4:3 Konsa, Li va jije antre anpil pèp e pran desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen. Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen cha pou laboure latè yo, ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj. Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e p ap aprann fè lagè ankò.
MIC 4:4 Men yo va fè chak moun chita anba chan rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo. Pèsòn p ap fè yo pè: paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.
MIC 4:5 Malgre tout pèp yo mache nan non dye pa yo, pou nou menm, nou va mache nan non SENYÈ Bondye nou an jis pou tout tan e pou tout tan.
MIC 4:6 “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a, “Mwen va rasanble moun bwate yo, e Mwen va reyini moun rejte yo, ak sa ke M te aflije yo.
MIC 4:7 Mwen va fè moun bwate yo vin yon retay, e moun rejte yo vin yon nasyon pwisan; Konsa, SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion depi koulye a rive jis pou tout tan.”
MIC 4:8 A nou menm, wo tou bann mouton an, mòn fi Sion an, sou ou menm, li va retounen. Wi, menm ansyen pouvwa a, wayòm de fi Jérusalem nan.
MIC 4:9 Alò, poukisa ou rele anmwey konsa? Èske pa gen wa pami nou? Èske konseye nou an fin peri? Kite gwo doulè a sezi nou kon yon fanm k ap pouse fè pitit?
MIC 4:10 Se pou ou vin an doulè, doulè pou pouse fè pitit fi a Sion an, kon yon fanm ki ansent; paske koulye a, ou va sòti nan vil la pou rete nan chan, e ou va ale menm nan Babylone. La, ou va delivre. La, SENYÈ a va rachte ou, soti nan men ènmi ou yo.
MIC 4:11 Epi koulye a, gen anpil nasyon ki rasanble kont ou k ap di: “Kite li fin souye nèt, e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”
MIC 4:12 Men yo pa konnen refleksyon a SENYÈ a, ni yo pa konprann bi Li a; paske Li te ranmase moun sa yo, kon pakèt sereyal yo, pou pote sou glasi vannen an.
MIC 4:13 Leve pou bat jèm nan, O fi Sion an! Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè, e zago ou kon yon zago an bwonz. Ou va bat an mòso anpil pèp, pou ou kapab konsakre a SENYÈ a tout richès enjis pa yo, ke nou ranmase ak tout byen pa yo, bay SENYÈ tout latè a.
MIC 5:1 Alò, rasanble nou an twoup lame, O fi a lame yo. Li fin fè syèj kont nou. Ak gwo baton, yo va frape jij Israël la sou machwè.
MIC 5:2 Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.
MIC 5:3 Akoz sa, Li va abandone yo jiskaske sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la. Nan lè sa a, retay nan frè li yo va retounen vin jwenn fis Israël yo.
MIC 5:4 Konsa Li va leve pou mennen bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a, nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a. Epi yo va viv, paske nan tan sa a, Li va pwisan jis rive nan dènye pwent latè.
MIC 5:5 Li va lapè nou lè Asiryen yo vini nan peyi nou an, e lè li va mache nan palè nou yo. Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.
MIC 5:6 Yo va regle peyi Assyrie ak nepe, ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo. Konsa, li va delivre nou soti nan men Asiryen an lè l fè envazyon peyi nou an, ak lè li mache anndan fwontyè nou an.
MIC 5:7 Epi konsa, retay Jacob la va nan mitan anpil nasyon pèp yo, tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a, tankou lapli k ap farinen sou zèb, ki p ap tann lòm, ni fè reta pou fis a lòm yo.
MIC 5:8 Retay Jacob la va pami nasyon yo, pami anpil pèp; Tankou yon lyon pami bèt forè, tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton; li menm, si l pase, mache, dechire an mòso e p ap gen pèsòn ki pou delivre.
MIC 5:9 Ke men ou vin leve kont advèsè Ou yo e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.
MIC 5:10 “Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a, “ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou e Mwen va detwi cha lagè nou yo.
MIC 5:11 “Anplis, Mwen va koupe retire vil nan peyi nou yo, e mwen va jete tout miray fòterès nou yo.
MIC 5:12 Mwen va koupe retire zafè tout wanga soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò.
MIC 5:13 Mwen va retire imaj taye nou yo ak pilye sakre ki pami nou yo, pou nou pa adore zèv men nou yo ankò.
MIC 5:14 Mwen va dechouke Asherim ki pami nou yo, e mwen va detwi vil nou yo.
MIC 5:15 Epi Mwen va egzekite vanjans kòlè ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo.”
MIC 6:1 Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di: “Leve, plede ka ou devan mòn yo; kite kolin yo tande vwa ou.
MIC 6:2 Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a, e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo. Paske SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a, e Li va plede ka Li ak Israël.
MIC 6:3 “Pèp Mwen, se kisa Mwen te fè Ou? Nan kisa Mwen te fatige ou? Reponn Mwen!
MIC 6:4 Anverite Mwen te mennen nou monte soti nan peyi Égypte. Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la. Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”
MIC 6:5 Pèp mwen, sonje koulye a konsèy Balak, wa Moab la ak sa Balaam, fis a Beor a, te reponn li depi nan Sittim rive Guilgal, pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”
MIC 6:6 Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a, e bese m ba devan Bondye anlè a? Èske mwen ta vini ak ofrann brile, ak ti bèf ki gen yon lane?
MIC 6:7 Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo? Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo? Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay pou zak rebelyon mwen yo? Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?
MIC 6:8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon. Ki sa SENYÈ a egzije de ou? Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd, e mache nan imilite ak Bondye ou a?
MIC 6:9 Vwa SENYÈ a va rele vè vil la, e sajès, li menm, fè lakrent non Ou. “Koute baton an, ak Sila ki te deziye l.
MIC 6:10 Èske toujou gen trezò mechanste lakay mechan an, ak yon mezi ki manke? Ki se madichonnen?
MIC 6:11 Èske Mwen kapab tolere yon fo balans ak yon sachè fo pèz?
MIC 6:12 Paske moun rich li yo plen vyolans. Rezidan li yo fè manti, e lang yo twonpe soti nan bouch yo.
MIC 6:13 Konsa tou, Mwen te frape ou ak yon blesi grav. Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo.
MIC 6:14 Ou va manje, men ou p ap satisfè. Imilyasyon ou va nan mitan ou. Ou va vin mete sou kote, men ou p ap konsève, e sa ke ou t ap rezève a, Mwen va bay li a nepe.
MIC 6:15 Ou va simen, men ou p ap rekòlte. Ou va kraze grenn oliv anba pye, men ou menm p ap onksyone ak lwil; kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.
MIC 6:16 Paske se règleman Omri yo nou kenbe, ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, e se nan konsèy yo ke nou mache. Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. Pèp ou a va giyonnen, e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”
MIC 7:1 Malè a mwen menm! Anverite, mwen tankou moun k ap ranmase fwi gran sezon, k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven. Pa gen grap rezen pou manje, ni yon grenn premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute.
MIC 7:2 Moun fidèl fin disparèt sou latè a, e nanpwen moun dwat pami lòm. Yo tout kouche an anbiskad pou vèse san; yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen.
MIC 7:3 Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l byen. Prens lan mande, e jij la prè pou yon glise anba tab. Yon nonm pwisan prezante tout mechanste ke nanm li bezwen. Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl.
MIC 7:4 Pi bon nan yo se pikan. Pi dwat la pi mal pase kloti zepin. Jou gadyen ou, jou vizitasyon ou an fin rive. Koulye a y ap boulvèse, egare nèt.
MIC 7:5 Pa fè konfyans ak yon vwazen. Pa fè konfyans ak yon zanmi. Ak fi k ap kouche ak ou a, gade pòt bouch ou!
MIC 7:6 Paske fis la derespekte papa a, e fi a leve kont manman li, bèlfi a kont bèlmè li; lènmi a yon nonm se anndan lakay li.
MIC 7:7 Men pou mwen menm, mwen va gade vè SENYÈ a. Mwen va tann Bondye a sali mwen an. Bondye mwen an va koute mwen.
MIC 7:8 Pa rejwi nou kont mwen menm, O lènmi mwen. Malgre mwen tonbe, mwen va leve ankò. Malgre mwen chita nan tenèb, SENYÈ a va yon limyè pou mwen.
MIC 7:9 Mwen va pote endiyasyon SENYÈ a, akoz mwen te peche kont Li, jiskaske li plede ka mwen an, e egzekite jijman pou mwen. Konsa, Li va mennen m sòti nan plen limyè, e mwen va wè ladwati Li.
MIC 7:10 Answit, lènmi m va wè sa, e gwo wont va kouvri fi a ki te di m: “Kote SENYÈ Bondye ou a?” Zye m va gade fi sa a. Epi konsa, nan lè sa a, li va vin foule anba pye tankou kras labou nan lari.
MIC 7:11 Sa va yon jou pou bati miray ou yo. Nan jou sa a, lizyè ou yo va vin grandi.
MIC 7:12 Sa va yon jou ke yo va vin kote ou soti Assyrie ak vil Égypte yo; soti Égypte menm pou rive Rivyè Euphrate la, menm soti nan lanmè, rive nan lanmè, nan mòn rive nan mòn.
MIC 7:13 Malgre, latè va vin dezole akoz sila k ap viv ladann yo, akoz fwi a zak yo.
MIC 7:14 Mennen pèp Ou a ak kwòk bèje Ou a, bann mouton a eritaj Ou a, ki rete pou kont yo, nan forè. Kite yo manje nan mitan bon pa, nan Basan ak Galaad, tankou nan ansyen tan an.
MIC 7:15 “Tankou nan jou lè ou te sòti nan peyi Égypte la, Mwen va montre ou Mirak.”
MIC 7:16 Nasyon yo va wè, e yo va wont de tout pwisans yo. Yo va mete men yo sou bouch yo; zòrèy yo va vin soud.
MIC 7:17 Yo va niche pousyè tankou sèpan. Tankou bagay k ap ranpe sou latè, yo va sòti tou ap tranble nan sitadèl souteren yo. Yo va vin vè SENYÈ Bondye nou an, ak gwo lakrent; konsa, yo va pè devan Ou.
MIC 7:18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou, ki padone inikite, e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li? Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an, akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
MIC 7:19 Li va gen konpasyon pou nou ankò. Li va foule inikite nou yo anba pye L. Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.
MIC 7:20 Ou va bay verite a Jacob ak mizerikòd a Abraham, tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo depi nan jou ansyen yo.
NAH 1:1 Pwofesi pou Ninive. Liv vizyon a Nahum nan, Elkochit la.
NAH 1:2 Yon Dye jalou k ap fè vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li.
NAH 1:3 SENYÈ a lan nan kòlè, e Li plen pwisans. Konsa, li byen si ke SENYÈ a p ap kite koupab la san pinisyon. Mwayen Li se nan toubiyon ak tanpèt, e nwaj yo se pousyè anba pye Li.
NAH 1:4 Li Repwoche lanmè a, e fè l vin sèch. Li fè larivyè yo vin sèch. Basan ak Carmel seche; flè a Liban yo vin fennen.
NAH 1:5 Mòn yo tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann.
NAH 1:6 Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte chalè kòlè Li? Se tankou dife kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso.
NAH 1:7 SENYÈ a bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo.
NAH 1:8 Men tankou yon inondasyon ki debòde nèt, li va fè vil Ninive disparèt nèt, e kouri dèyè lènmi Li yo jis rive nan fènwa.
NAH 1:9 Nenpòt panse nou konn fè kont SENYÈ a, li va mete fen a sa nèt. Gwo twoub sa a p ap parèt de fwa.
NAH 1:10 Kon bwa pikan mele mare, kon sila ki sou ak bwason yo, yo va vin konsonmen nèt kon pay ki fennen nèt.
NAH 1:11 Nan ou, te sòti yon moun ki te fè move konplo kont SENYÈ a, yon konseye mechan.
NAH 1:12 Konsa pale SENYÈ a: “Byenke yo plen fòs, e yo gen anpil moun; malgre sa, yo va vin koupe retire e disparèt. Byenke Mwen te aflije ou, Mwen p ap aflije ou ankò.
NAH 1:13 Pou sa, koulye a, Mwen va kraze retire jouk li ki mare sou ou a, e mwen va eklate chèn ou yo.”
NAH 1:14 SENYÈ a fin pase lòd konsènan ou menm: “P ap gen desandan ki pou pote non ou ankò. Mwen va koupe retire zidòl ak imaj soti lakay dye ou yo. M ap prepare yon kote antèman pou ou; paske ou vin abominab.”
NAH 1:15 Gade byen, sou mòn yo, pye a li ki pote bòn nouvèl, ki anonse lapè yo! Fè fèt nou, O Juda! Akonpli ve nou yo. Paske sa p ap janm rive ankò pou mechan sila an vin pase nan mitan nou. Li fin koupe retire nèt.
NAH 2:1 Sila ki konn kaze brize a gen tan monte kont ou. Kenbe fò a! Veye chemen an! Ranfòse ren ou! Ranmase tout kouraj ou!
NAH 2:2 Paske SENYÈ a va restore tout glwa a Jacob, menm jan ak glwa Israël la, paske piyajè yo fin piyaje yo, e te rache branch rezen li yo.
NAH 2:3 Boukliye a mesye pwisan li yo vin wouj. Gèrye yo vin abiye an kramwazi. Cha yo klere an asye nan jou derape a. Lans an bwa pichpen yo vin parèt.
NAH 2:4 Cha yo kouri fou nan lari. Yo sikile san kontwòl sou wout yo. Aparans yo tankou tòch, yo kouri patou tankou kout loray.
NAH 2:5 Li rele gèrye pi chwazi li a. Yo manke tonbe nan fòme yo. Yo prese rive nan miray la. Gwo barikàd syèj defans la fin prepare.
NAH 2:6 Pòtay rivyè yo ouvri e palè a fin kraze nèt.
NAH 2:7 Bagay la fin fèt; Ninive vin toutouni, li fin pote ale nèt. Sèvant li yo ap plenyen ak vwa toutrèl; y ap bat lestonmak yo.
NAH 2:8 Men Ninive te tankou ti lak dlo depi lontan; malgre sa, y ap sove ale. “Rete, Rete”! Yo kriye fò, Men pèsòn pa gade dèyè.
NAH 2:9 Pran piyaj ajan! Pran piyaj lò! Paske gen trezò san limit—gen valè nan tout bagay presye yo.
NAH 2:10 Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a, e figi yo vin blèm!
NAH 2:11 Kote fòs lyon yo ye? Kote plas la tout jenn lyon yo te manje? Kote andwa a manman lyon an ak ti lyon an te konn mache? Plas la kote okenn pa t konn fè yo pè?
NAH 2:12 Lyon an te konn chire viktim yo an mòso ase pou manje ti lyon li yo. Li te touye pou manman lyon li yo. Li te plen kav li ak chè ki dechire e tanyè li ak viktim.
NAH 2:13 “Gade byen Mwen kont ou”, pale SENYÈ dèzame yo. “Mwen va brile cha lagè li yo nan lafimen. Nepe a va devore jenn lyon ou yo. Mwen va retire nan peyi a, tout chè nou te konn manje. Konsa, vwa mesaje nou yo p ap tande ankò.”
NAH 3:1 Malè a vil sanglan an! Li plen nèt ak manti ak piyaj. Viktim li yo san fen.
NAH 3:2 Bri a fwèt la, bri a wou k ap sone sou wòch yo, cheval k ap galope yo ak cha k ap vòltije yo!
NAH 3:3 Chevalye k ap kouri desann yo; nepe k ap klere yo, lans k ap briye tankou solèy yo. Anpil mò, yon gwo ma kadav, ak kò mouri san kontwòl— yo manke tonbe sou kadav mò yo!
NAH 3:4 Tout sa akoz anpil aktivite a pwostitiye yo, sila ki vrèman byen pòtan yo, mètrès a gwo maji yo, ki vann nasyon yo nan pwostitisyon li yo, ak fanmi yo nan gwo wanga li konn fè yo.
NAH 3:5 “Gade byen, Mwen vin kont ou”, deklare SENYÈ dèzame yo. Mwen va Leve jip ou jis rive nan figi ou pou montre a nasyon yo toutouni ou, pou wayòm yo wè wont ou.
NAH 3:6 Mwen va jete bagay ki sal nèt sou ou, fè ou vin avili e fè ou vin espektak.
NAH 3:7 Konsa, li va vin rive ke tout moun ki wè ou, yo va fè bak, e yo va di: “Men Ninive fin devaste nèt! Se kilès k ap fè dèy pou li? Se kibò pou m ta jwenn moun ki pou rekonfòte ou?”
NAH 3:8 Èske ou pi bon pase Nò Amon ki te pozisyone pami rivyè yo, ki te antoure ak dlo, ki te gen lanmè kon pwotèj li, e se lanmè ki te sèvi kon miray li?
NAH 3:9 Se Éthiopie ki te pwisans li, ansanm ak Égypte ki te san limit. Puth ak Libie te pami soutyen ou yo.
NAH 3:10 Men li te pote ale; li te antre an kaptivite. Tout ti pitit li yo te vin kraze an mòso nan tèt tout ri yo. Yo te fè tiraj osò pou onorab li yo, e mesye pwisan li yo te mare nan chèn.
NAH 3:11 Ou menm tou va vin sou nèt. Ou va kache. Ou menm tou va chache yon kote pou ou kache akoz de ènmi an.
NAH 3:12 Tout gwo fò nou yo va tankou pye fig etranje ak fwi ki mi— lè yo sekwe yo, yo tonbe nan bouch a sila k ap manje yo a.
NAH 3:13 Gade byen, pèp ou a se fanm yo ye pami nou! Pòtay peyi ou yo vin ouvri byen laj bay lènmi ou yo. Dife fin devore baryè pòtay ou yo.
NAH 3:14 Rale dlo ou pou kont ou pou fè syèj la! Ranfòse fò ou yo! Antre nan ajil la, e foule mòtye a anba pye ou. Byen bati kay fou k ap fè brik yo fò!
NAH 3:15 La, dife sa menm va vin devore ou nèt. Nepe va koupe retire ou nèt. Li va devore ou tankou krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou yon krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou krikèt.
NAH 3:16 Ou fin ogmante machann ou yo plis pase zetwal syèl yo— krikèt volan ravaje, epi, konsa, li vole ale.
NAH 3:17 Gad nou yo tankou krikèt. Jandam nou yo tankou gwo lame krikèt volan k ap poze sou wòch nan jou fredi. Lè solèy la leve yo sove ale. Kote yo rive a, pèsòn pa konnen.
NAH 3:18 Bèje ou yo ap dòmi, O wa Assyrie. Prens ou yo kouche nèt. Pèp ou an vin gaye sou mòn yo, e nanpwen moun ki pou rasanble yo.
NAH 3:19 Nanpwen ti pansman pou sa k ap fè ou mal la. Blesi ou a p ap ka geri. Tout moun ki tande koze ou va bat men yo sou ou, paske kilès moun san rete, ki pa t resevwa nan mechanste ou?
HAB 1:1 Pwofesi ke Habacuc, pwofèt la te wè.
HAB 1:2 Pandan konbyen tan, O SENYÈ, mwen va kriye sekou e Ou pa tande? Mwen kriye a Ou menm, “Vyolans!” Men Ou pa delivre.
HAB 1:3 Poukisa Ou fè m wè inikite, e Ou gade sou tout mechanste yo? Wi, se destriksyon ak vyolans ki devan mwen; gwo konfli ak kont k ap leve toupatou.
HAB 1:4 Akoz sa, yo vin pa okipe yo de lalwa e jistis la pa janm avanse. Paske mechan yo vin antoure moun ladwati yo. Lajistis tòde nèt.
HAB 1:5 “Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l.
HAB 1:6 Paske, gade byen, Mwen ap leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou sezi kote ki pa pou yo.
HAB 1:7 Yo plen tout moun ak gwo laperèz, ak lakrent. Jistis ak otorite pa yo sòti sèl nan yo menm.
HAB 1:8 Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore.
HAB 1:9 Yo tout vini pou fè vyolans. Nan rega pa yo se an avan. Yo ranmase kaptif tankou sab.
HAB 1:10 Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten. Yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo.
HAB 1:11 Tankou van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.”
HAB 1:12 Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon.
HAB 1:13 Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?
HAB 1:14 Poukisa kite yo fè lòm tankou pwason lanmè, tankou sila k ap trennen atè ki pa gen gouvènè sou yo?
HAB 1:15 Pou Kaldeyen yo, yo rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan.
HAB 1:16 Tout sa, akoz yo ofri yon sakrifis a filè yo; yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, lavi a vin bon, e manje yo vin anpil.
HAB 1:17 Èske se konsa yap kontinye vide filè yo, e kontinye detwi nasyon yo san mizerikòd?
HAB 2:1 Mwen va kanpe sou pòs gad mwen, e mwen va pran pozisyon sou ranpa a. Mwen va veye san rete pou wè ki sa Li va pale avèk mwen, ak jan pou m ta reponn, selon plent mwen pote bay L.
HAB 2:2 Konsa SENYÈ a te reponn mwen. Li te di: “Ekri vizyon an e montre li klè sou tablo, pou sila k ap kouri a, ka li l.
HAB 2:3 Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. L ap pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, tann li; paske anverite, li va vini. Li p ap fè mize.
HAB 2:4 Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men moun dwat la va viv pa lafwa li.
HAB 2:5 Anplis, diven devwale yon moun ògeye, ki pa rete lakay li. L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm.
HAB 2:6 “Èske tout moun sa yo p ap Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a sila ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?”
HAB 2:7 Èske moun ki dwe w yo p ap leve sibitman? Èske yo p ap vin souleve? Anverite, ou va vin piyaj pou yo.
HAB 2:8 Akoz ou te piyaje anpil nasyon, tout retay pèp yo va piyaje ou. L ap konsa, akoz tout san moun ki vèse ak vyolans ki fèt nan peyi a, nan vil la, ak tout moun ki rete ladann yo.
HAB 2:9 “Malè a sila ki jwenn avantaj malonèt pou lakay li a, pou mete nich li byen wo, pou l ta ka delivre soti nan men a gwo malè!
HAB 2:10 Ou te machinen yon gwo wont pou lakay ou nan detwi anpil pèp. Konsa, ou te peche kont pwòp nanm ou.
HAB 2:11 Anverite, wòch la va kriye soti nan mi an, e poto travès la va reponn li.
HAB 2:12 “Malè a sila ki bati yon vil ak san vèse, e ki fonde yon vil ak inikite!
HAB 2:13 Anverite, èske sa pa soti nan SENYÈ dèzame yo pou moun travay di pou dife a, e nasyon yo fatige kò yo pou granmesi?
HAB 2:14 Paske latè va ranpli ak konesans ak laglwa SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè.
HAB 2:15 “Malè a ou menm k ap fòse vwazen ou bwè, k ap mele gwòg pa w ladann, menm pou fè yo sou, pou gade toutouni yo!
HAB 2:16 Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e wont total va ranplase laglwa ou.
HAB 2:17 Paske vyolans ki fèt Liban an va fè ou plonje desann, ansanm ak destriksyon a bèt va bay ou gwo laperèz; akoz de san vèse a moun ak vyolans tè a, nan chak vil la ak tout sila ki rete ladann yo.
HAB 2:18 “Ki pwofi ki gen nan zidòl la, lè mèt li fin taye l? Swa yon imaj, fome pa yonpwofesè k ap bay manti? Paske sila menm ki te fè l la mete konfyans li nan pwòp zèv li a, lè l fòme zidòl ki bèbè.
HAB 2:19 Malè a sila ki di a yon mòso bwa: ‘Leve!”, a yon wòch ki pa ka pale: “Kanpe!” Èske se sila a ki ka enstwi? Men gade byen, li kouvri nèt ak lò ak ajan, e pa gen okenn souf ladann.
HAB 2:20 Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”
HAB 3:1 Yon priyè Habacuc, pwofèt la, selon fòm Sigonoth la.
HAB 3:2 SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm e mwen kanpe etone nèt. O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. Fè yo vin koni nan mitan ane yo. Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.
HAB 3:3 Bondye soti nan Théman; Sila ki Sen an soti nan Mòn Paran. Tan Bèlte Li kouvri syèl la, e tè a vin plen ak lwanj Li.
HAB 3:4 Ekla Li tankou reyon solèy la. Gen tras klate limyè ki soti nan men L, e nanpwen anyen ki kache de pouvwa Li.
HAB 3:5 Devan Li, tout kalite touman mache; dèyè Li, epidemi a swiv sou pye L.
HAB 3:6 Li te kanpe; tè a te sekwe. Li te gade; nasyon yo te etone. Wi, lansyen mòn yo te vin detwi, ansyen kolin yo te vin efondre. Chemen li yo dire jis pou tout tan.
HAB 3:7 Mwen te wè tant a Cush yo anba detrès. Rido tant a Madian yo t ap tranble.
HAB 3:8 Èske SENYÈ a te malkontan ak rivyè yo? Èske se ak rivyè yo Ou te fache? Oswa, èske kòlè Ou te kont lanmè a, ki fè Ou te monte sou cheval Ou yo, sou cha delivrans Ou yo?
HAB 3:9 Ou te rale banza a soti nan fouwo l; Ou te rele flèch ou yo fè sèman an. Selah. Ou te fann tè a ak rivyè yo.
HAB 3:10 Mòn yo te wè, Ou e yo te tranble. Flèv dlo yo te kouri desann. Pwofondè a te gwonde. Li te leve men l anlè.
HAB 3:11 Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo. Nan eklè flèch Ou yo, ak briyans lans Ou yo, solèy ak lalin nan te kanpe sou plas.
HAB 3:12 Nan gwo kòlè Ou, Ou te mache travèse tè a. Nan kòlè Ou, Ou te foule mache sou nasyon yo.
HAB 3:13 Ou te soti pou delivrans a pèp Ou a, pou sali pèp onksyon Ou an. Ou te frape tèt peyi mechanste a. Ou te ekspoze li nèt, depi nan kwis li pou rive nan kou l. Selah.
HAB 3:14 Ou te frennen tèt gèrye li yo ak pwòp nepe yo. Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou. Ak gwo lajwa yo te tankou sila ki devore malere an sekrè yo.
HAB 3:15 Ou te foule mache sou lanmè a ak cheval Ou yo, sou lam lanmè a k ap boulvèse dlo a.
HAB 3:16 Mwen te tande, e zantray mwen te tranble. Lèv mwen te tranble ak son vwa a. Pouriti a antre nan zo m, mwen te tranble sou plas, paske mwen oblije tann jou detrès la, byen kalm, tann pèp k ap leve a vin anvayi nou.
HAB 3:17 Menmsi pye fig la pa ta fleri, ni pa gen fwi sou branch rezen yo, menmsi donn oliv la vin sispann, e chan yo pa pwodwi manje, menmsi bann mouton an ta koupe separe de pak la, e pa gen bèf nan pak la,
HAB 3:18 mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a. Mwen va rejwi nan Bondye, sali mwen an. Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.
HAB 3:19 Senyè BONDYE mwen an se fòs mwen. Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf; Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo. Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.
ZEP 1:1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.
ZEP 1:2 “Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a.
ZEP 1:3 Mwen va retire ni lòm, ni bèt. Mwen va retire zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a.
ZEP 1:4 Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout prèt zidòl yo,
ZEP 1:5 sila ki adore sou twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa Milcom,
ZEP 1:6 sila ki te vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”
ZEP 1:7 Fè silans devan Senyè BONDYE a! Paske jou SENYÈ a pre rive. Paske Bondye te prepare yon sakrifis. Li te konsakre envite Li yo.
ZEP 1:8 Li va vin rive nan jou sakrifis SENYÈ a, ke mwen va pini prens yo, fis a wa yo, ak tout sila ki abiye ak vètman etranje yo.
ZEP 1:9 Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.
ZEP 1:10 Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo.
ZEP 1:11 Rele “Anmwey!”, O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp Canaran an va pe bouch yo nèt. Tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt.
ZEP 1:12 Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki deside sou sa yo fin bwè, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!”
ZEP 1:13 Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.
ZEP 1:14 Pre rive se gran jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè.
ZEP 1:15 Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou tenèb ak dekourajman, yon jou nwaj yo ak gwo fènwa a.
ZEP 1:16 Yon jou twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo.
ZEP 1:17 Mwen va mennen gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt.
ZEP 1:18 Ni ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.
ZEP 2:1 Rasanble nou ansanm, wi rasanble nou, O nasyon ki pa gen wont,
ZEP 2:2 avan dekrè a vini— avan jou pase tankou pay vannen —avan chalè vyolan SENYÈ a vin rive sou nou, avan jou a kòlè SENYÈ a vin rive sou nou.
ZEP 2:3 Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a.
ZEP 2:4 Paske Gaza va vin abandone, e Askalon va vin yon kote dezole. Asdod va chase mete deyò nan mitan jounen, e Ékron va vin dechouke.
ZEP 2:5 Malè pou sila ki rete kote lanmè yo, nasyon a Keretyen yo! Pawòl SENYÈ a kont ou, O Canaran, peyi Filisten yo! Mwen va detwi nou jiskaske pa gen moun ki rete la ankò.
ZEP 2:6 Konsa bò kot lanmè a va tounen patiraj pou bèt, avèk kay pou bèje e pak pou bann mouton yo.
ZEP 2:7 Epi kot lanmè a va apatyen a retay lakay Juda a. Yo va fè patiraj yo sou li. Nan kay Askalon yo, yo va kouche nan aswè; paske SENYÈ Bondye yo a va pran swen yo e restore davni yo.
ZEP 2:8 Mwen te tande lè Moab t ap vekse nou. Ak malediksyon a fis Ammon yo, ke yo t ap vekse pèp Mwen an, e te fè tèt yo vin plen ògèy kont lizyè pa yo a.
ZEP 2:9 Akoz sa, jan Mwen vivan an, deklare SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Anverite, Moab va vin tankou Sodome e fis a Ammon yo tankou Gomorrhe— yon kote plen pikan, yon twou plen sèl, yon kote devaste nèt. Retay a pèp Mwen an va piyaje yo, e sila ki rete nan nasyon Mwen an, va eritye yo.”
ZEP 2:10 Se sa yo va twouve kon rekonpans ògèy yo, akoz yo te vekse, e te vin awogan kont pèp a SENYÈ dèzame yo.
ZEP 2:11 SENYÈ a va vin tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye tèritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.
ZEP 2:12 Nou menm tou Etyopyen yo, nou va detwi pa nepe Mwen.
ZEP 2:13 Li va lonje men Li kont nò pou detwi Assyrie, e li va fè Ninive vin yon kote dezole, sèk tankou dezè.
ZEP 2:14 Bann bèt sovaj va vin kouche nan mitan l, tout kalite bèt yo. Grangozye, ni zagoudi va vin rete sou gran vil li yo. Vwa yo va chante nan fenèt yo. Papòt yo va rete dezole, paske Li te devwale nèt tout gran travès bwa sèd yo.
ZEP 2:15 Sa se gwo vil ki plen ak kè kontan, ki te viv san reflechi. Li te di nan kè l: “Se Mwen, e nanpwen sòf ke mwen.” Ala dezole li vin dezole! Yon kote pou bèt repoze yo. Tout moun ki pase kote l va soufle kon koulèv, e va voye pwen mare yo anlè sou li.
ZEP 3:1 Malè a sila ki fè rebèl e ki vin souye a; vil k ap oprime tout moun!
ZEP 3:2 Fi sa ki pa t obeyi a okenn vwa a. Li pa t dakò resevwa enstriksyon. Li pa t mete konfyans nan SENYÈ a. Li pa t rapwoche de Bondye li a.
ZEP 3:3 Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten.
ZEP 3:4 Pwofèt li yo se moun trèt san prensip. Prèt li yo te souye sanktyè a. Yo te fè vyolans a lalwa.
ZEP 3:5 SENYÈ a plen ladwati nan mitan li. Li p ap fè okenn enjistis. Chak maten Li fè jistis pa li vin parèt nan limyè. Li pa janm pa reyisi, men moun enjis yo pa gen wont menm.
ZEP 3:6 Mwen te detwi nasyon yo. Ranpa yo dezole nèt. Ri yo te vin gate, pou pèsòn moun pa pase. Vil yo fin detwi nèt, pou pa gen moun, pou pa gen pèsòn ki rete ladan yo.
ZEP 3:7 Mwen te di: “Sèlman gen lakrent Mwen. Resevwa enstriksyon”. Konsa, kote nou rete a p ap vin koupe retire nèt, selon tout sa ke Mwen te deziye pou rive l. Men yo te leve bonè e te konwonpi nan tout zèv yo.
ZEP 3:8 “Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.
ZEP 3:9 Paske nan lè sa a, Mwen va bay a pèp nasyon yo lèv ki pirifye, pou yo tout ka rele non SENYÈ a, pou sèvi Li de zepòl a zepòl.
ZEP 3:10 Soti byen lwen rivyè Ethiopie yo, moun ki adore Mwen yo, menm fi dispèse Mwen an va vin pote ofrann ban Mwen.
ZEP 3:11 Nan jou sa a, ou p ap vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an.
ZEP 3:12 Men Mwen va kite pami nou yon pèp ki aflije, ki malere, e yo va chache pwoteksyon yo nan non SENYÈ a.
ZEP 3:13 Retay Israël la p ap fè okenn inikite, ni yo p ap bay manti, ni yon lang twonpe moun p ap twouve nan bouch yo. Paske yo va manje, e kouche, e pèsòn moun p ap fè yo pè.”
ZEP 3:14 Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan!
ZEP 3:15 SENYÈ a te retire jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò.
ZEP 3:16 Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: Pa pè anyen, O Sion! Pa kite men ou vin fèb.
ZEP 3:17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.
ZEP 3:18 Mwen va retire de nou sa yo ki gen chagren pou fèt deziye yo. Se yon repwòch yo ye pou ou.
ZEP 3:19 Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè.
ZEP 3:20 Nan lè sa a, Mwen va fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.
HAG 1:1 Nan dezyèm ane Darius, wa a, nan premye jou sizyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vini pa pwofèt Aggée a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda, e a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la. Li te di:
HAG 1:2 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Pèp sa a di: “Lè a poko rive; lè pou rebati kay SENYÈ a.”’”
HAG 1:3 Konsa, pawòl SENYÈ a te vini pa Aggée, pwofèt la. Li te di:
HAG 1:4 Èske se lè pou nou menm, pou nou rete nan kay panno nou pandan kay sila a rete nan movèz eta?
HAG 1:5 Alò, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo!
HAG 1:6 Nou te simen anpil, men rekòlt la te piti. Nou manje, men nou pa manje ase. Nou bwè, men li manke ase. Nou mete rad, men yo pa kont pou evite fredi, epi sila ki jwenn salè li a, li mete salè li a nan yon bous ki plen twou.”
HAG 1:7 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo!
HAG 1:8 Monte sou mòn yo, pote bwa pou rebati tanp lan pou M kapab pran plezi e jwenn glwa ladann,” pale SENYÈ a.
HAG 1:9 “Nou chache anpil, men gade byen, ti kras vin jwenn nou; lè nou te mennen l lakay nou, Mwen soufle sou li pou fè l ale. Poukisa?” deklare SENYÈ dèzame yo: “Akoz kay Mwen ki rete an movèz eta a, pandan nou tout ap byen okipe pwòp lakay nou.
HAG 1:10 Akoz sa, akoz nou menm syèl la te vin ralanti nan lawouze li, e latè te vin refize pwodwi fwi li.
HAG 1:11 Mwen te rele yon gwo sechrès vini sou peyi a, sou mòn yo, sou grenn sereyal yo, sou diven nèf la, sou lwil la, sou tout pwodwi latè yo, sou lòm, sou bèt ak sou tout zèv men nou yo.”
HAG 1:12 Konsa, Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak tout retay a pèp la, te obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye yo a, e pawòl a Aggée yo, pwofèt la, akoz se SENYÈ a, Bondye yo a ki te voye li. Epi pèp la te montre lakrent pou SENYÈ a.
HAG 1:13 Answit Aggée, mesaje SENYÈ a, te pale nan komisyon SENYÈ a, bay pèp la. Li te di, “Mwen avèk nou, deklare SENYÈ a.”
HAG 1:14 Konsa, SENYÈ a te twouble lespri Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, lespri Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak lespri retay pèp la; epi yo te vini travay nan kay SENYÈ dèzame yo, Bondye yo a,
HAG 1:15 nan venn-katriyèm jou sizyèm mwa a, nan dezyèm ane a Darius, wa a.
HAG 2:1 Nan venteyen jou nan setyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote Aggée, pwofèt la. Li te di:
HAG 2:2 “Pale koulye a a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la e a retay a pèp la e di:
HAG 2:3 ‘Se kilès ki rete pami nou ki te wè tanp sa a lontan nan tout glwa li? Se kijan nou wè li koulye a? Èske li pa vin pa sanble anyen nan zye nou?
HAG 2:4 Men koulye a, se pou ou vin dyanm, Zorobabel,’ deklare SENYÈ a: ‘Se pou ou vin dyanm, ou menm tou, Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la, e tout pèp peyi a, se pou nou vin dyanm,’ deklare SENYÈ a: ‘epi travay, paske Mwen avèk nou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.
HAG 2:5 Selon pwomès ke M te fè nou an, depi lè nou te sòti nan peyi Égypte la, Lespri M t ap viv pami nou. ‘Pa pè anyen!’
HAG 2:6 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Yon fwa ankò nan yon ti tan, Mwen va souke syèl yo, tè a, lanmè a ak tè sèch la.
HAG 2:7 Mwen va souke tout nasyon yo. Konsa, gwo richès de tout nasyon yo va vini, e Mwen va plen kay sa a ak glwa,’ pale SENYÈ dèzame yo.
HAG 2:8 ‘Ajan se pa M, e lò se pa M’, deklare SENYÈ dèzame yo.
HAG 2:9 ‘Dènye glwa kay sa a, va pi gran ke ansyen an,’ pale SENYÈ dèzame yo: ‘Epi nan plas sa a, Mwen va bay Lapè’, deklare SENYÈ dèzame yo.”
HAG 2:10 Nan venn-kat nan nevyèm mwa a, nan dezyèm ane Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Aggée, pwofèt la. Li te di:
HAG 2:11 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Kounye a mande prèt yo konsènan Lalwa a. Mande yo:
HAG 2:12 Si yon nonm pote vyann sakre vlope nan ke wòb li, e avèk ke wòb li, li touche pen, manje kwit, diven, lwil, oswa nenpòt lòt manje, èske sa ki touche pa li menm va vin sakre?’” Prèt yo te reponn: “Non”.
HAG 2:13 Anplis, Aggée te mande: “Si yon moun ki pa pwòp akoz yon kadav, ta touche nenpòt bagay nan sa yo, èske moun sa va pa pwòp?” Prèt yo te reponn: “Yo va vin pa pwòp.”
HAG 2:14 Epi Aggée te di: “‘Se konsa pèp sa a ye. Epi se konsa nasyon sa a ye devan Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘Anplis, se konsa tout zèv men yo, ak sa ke yo ofri la yo, vin pa pwòp.
HAG 2:15 Alò, koulye a, m ap priye nou byen konsidere sa soti nan jou sa a pou gade dèyè nèt: avan yon sèl wòch te plase sou yon wòch sou tanp SENYÈ a.
HAG 2:16 Pandan tout tan sa a, lè yon moun te rive sou yon pil sereyal ak ven mezi, te gen sèlman dis. Lè yon moun te rive sou gwo ja diven, pou rale retire senkant mezi, te gen sèlman ven.
HAG 2:17 Tout zèv ki te fèt ak men nou yo, Mwen te frape ak destriksyon, lakanni, ak lagrèl. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,’ deklare SENYÈ a.
HAG 2:18 ‘Byen konsidere sa, m ap priye nou. Soti nan jou sa a gade dèyè nèt, soti nan venn-katriyèm jou nan nevyèm mwa a; depi jou lè tanp SENYÈ a te fonde a, konsidere sa:
HAG 2:19 Èske semans lan gen tan rive nan depo a? Menm pye rezen an, pye fig etranje a, pye grenad ak bwa doliv la, pa reyisi pote anyen. Malgre sa, soti nan jou sila a, Mwen va beni nou.’”
HAG 2:20 Konsa, pawòl SENYÈ a te vini yon dezyèm fwa a Aggée nan venn-katriyèm jou nan mwa a e te di:
HAG 2:21 “Pale ak Zorobabel, gouvènè a Juda a e di: ‘Mwen va souke syèl yo ak tè a.
HAG 2:22 Mwen va boulvèse twòn a wayòm yo, e detwi pouvwa wayòm a nasyon yo. Epi Mwen va boulvèse cha lagè yo ansanm ak sila k ap kondwi cha yo. Cheval yo ak chevalye yo va tonbe, yo tout pa nepe a frè yo.’
HAG 2:23 ‘Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: “Mwen va pran ou, Zorobabel, fis a Schealthiel la, sèvitè Mwen an,’ deklare SENYÈ a. ‘Epi konsa, Mwen va fè ou vin tankou yon bag so, paske Mwen te chwazi ou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.”
ZEC 1:1 Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a. Li te di:
ZEC 1:2 “SENYÈ a te fache anpil anpil avèk zansèt nou yo.
ZEC 1:3 Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ dèzame yo: “Pou M kapab retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo.
ZEC 1:4 “Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a.
ZEC 1:5 Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan?
ZEC 1:6 Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo? “Konsa yo te repanti, e te di: ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’”
ZEC 1:7 Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa:
ZEC 1:8 Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval blan.
ZEC 1:9 Konsa, mwen te di: “O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?” Epi zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: “Mwen va montre ou kisa yo ye.”
ZEC 1:10 Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: “Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè patwouj sou latè.”
ZEC 1:11 Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: “Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen tout tè a kalm. Li gen lapè.”
ZEC 1:12 Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan swasann-dis ane sila yo?”
ZEC 1:13 SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme.
ZEC 1:14 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: “Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Mwen jalou depase pou Jérusalem ak Sion.
ZEC 1:15 Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.”
ZEC 1:16 Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. Kay Mwen an va bati ladan l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “ epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.”’
ZEC 1:17 “Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e chwazi Jérusalem ankò.”’”
ZEC 1:18 Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn.
ZEC 1:19 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye?” Li te reponn mwen: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo.”
ZEC 1:20 SENYÈ a te montre mwen kat gwo bòs fòjewon.
ZEC 1:21 Mwen te di: “Se kisa sa yo ap vin fè?” Epi li te di: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a.”
ZEC 2:1 Konsa, Mwen te leve zye m gade, e vwala, te gen yon nonm ak yon lign mezi nan men l.
ZEC 2:2 Konsa mwen te di: “Ki kote ou prale la a?” Li te di mwen: “Pou mezire Jérusalem, pou wè ki lajè li genyen, ak longè li.”
ZEC 2:3 Epi vwala zanj ki t ap pale avèk mwen an te sòti, e yon lòt zanj te vin parèt pou rankontre avè l.
ZEC 2:4 Li te di li: “Kouri pale ak jennonm sa a, pou di l: ‘Jérusalem va vin plen moun tankou vilaj ki san miray, akoz kantite moun ak bèt k ap rete ladann.
ZEC 2:5 Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.
ZEC 2:6 “‘Vini! Vini! Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a.
ZEC 2:7 ‘Vini Sion! Kouri chape poul nou, nou ki rete ak fi a Babylone nan.’
ZEC 2:8 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li.
ZEC 2:9 Paske, gade byen, Mwen va souke men M sou yo, e yo va vin piyaj pou sila ki te sèvi yo. Epi konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen.
ZEC 2:10 Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a.
ZEC 2:11 Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou.
ZEC 2:12 SENYÈ a va posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va chwazi Jérusalem ankò.
ZEC 2:13 Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”
ZEC 3:1 Konsa, li te montre mwen Josué, wo prèt ki te kanpe devan zanj SENYÈ a, ak Satan ki te kanpe sou men dwat li pou akize li.
ZEC 3:2 SENYÈ a te di a Satan: “SENYÈ a repwoche ou, Satan! Anverite, SENYÈ ki te chwazi Jérusalem nan va repwoche ou! Èske sa se pa yon bout bwa cho ki retire soti nan dife?”
ZEC 3:3 Alò, Josué te abiye ak rad sal, e te kanpe devan zanj lan.
ZEC 3:4 Li te pale, e te di a sila ki te kanpe devan l yo: “Retire rad sal yo sou li.” A li menm Li te di, “Gade byen, Mwen te retire inikite sou ou, e Mwen va abiye ou ak vètman byen chè.”
ZEC 3:5 Mwen te di: “Kite yo mete yon tiban pwòp sou tèt li.” Konsa, yo te mete yon tiban pwòp sou tèt li, e yo te abiye li. Zanj SENYÈ a te kanpe sou kote.
ZEC 3:6 Zanj SENYÈ a ak vwa solanèl te asire Josué. Li te di:
ZEC 3:7 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an. Ou va osi gadyen lakou Mwen an, e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo.
ZEC 3:8 Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Branch la.
ZEC 3:9 Paske gade byen, wòch ke Mwen te plase devan Josué a; sou yon sèl wòch, gen sèt zye. Gade byen, men mo a, Mwen va fè grave sou li,’ deklare SENYÈ dèzame yo. ‘Epi Mwen va retire inikite a peyi sa a nan yon sèl jou.
ZEC 3:10 Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: ‘nou chak va envite vwazen nou yo pou vin chita anba pye rezen an ak anba pye fig pa nou.’”
ZEC 4:1 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te retounen. E te Li fè m Leve tankou yon nonm yo te leve soti nan dòmi.
ZEC 4:2 Li te di m: “Kisa ou wè?” Mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò, avèk bòl li sou tèt li, ak sèt lanp li yo. Gen sèt bòbèch pou chak lanp ki sou li yo.
ZEC 4:3 Anplis, gen de bwa doliv yo sou kote li, youn sou kote dwat bòl la, e lòt la sou kote goch la.”
ZEC 4:4 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan. Mwen te di: “Kisa sa yo ye mèt mwen?”
ZEC 4:5 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te reponn. Li te di m: “Èske ou pa konnen kisa sa yo ye?” Mwen te reponn: “Non, mèt mwen.”
ZEC 4:6 Epi li te di m: “Sa se pawòl SENYÈ a Zorobabel la ki di: ‘Se pa pa lafòs, ni pa pwisans, men pa Lespri Mwen,’ pale SENYÈ dèzame yo.
ZEC 4:7 ‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’”
ZEC 4:8 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
ZEC 4:9 “Men a Zorobabel te poze fondasyon kay sa. Se men l k ap fin fè l. Konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen kote ou.
ZEC 4:10 Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se zye SENYÈ a k ap veye toupatou sou tout tè a.”
ZEC 4:11 Mwen te di li: “Se kisa de bwa doliv sila yo ki sou kote dwat ak sou kote goch a chandelye yo ye?”
ZEC 4:12 Mwen te mande l yon dezyèm fwa. Mwen te di li: “Se kisa de branch doliv sila yo ki sou kote de tij an lò k ap vide lwil an lò k ap soti nan yo a?”
ZEC 4:13 Li te reponn mwen, e te di: “Èske ou pa konnen kisa yo ye?” Mwen te di: “Non mèt mwen.”
ZEC 4:14 Li te di: “Sa yo se de moun onksyone yo ki kanpe akote Mèt a tout tè a.”
ZEC 5:1 Answit, mwen te leve zye m ankò. Mwen te gade e mwen te wè, yon liv woulo ki t ap vole anlè.
ZEC 5:2 Konsa, li te di mwen: “Kisa ou wè la a?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude, e lajè li se dis koude.”
ZEC 5:3 Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a. Anverite, tout moun ki vòlè va vin koupe retire nan yon bò selon li; epi tout moun ki fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li.
ZEC 5:4 Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”
ZEC 5:5 Epi zanj ki t ap pale avè m nan te sòti deyò. Li te di mwen: “Koulye a leve zye ou pou wè sa k ap vin parèt la.”
ZEC 5:6 Mwen te di: “Kisa li ye?” Li te di: “Sa se panyen efa a k ap vin parèt la.” Li te di ankò: “Sa se inikite ki nan tout peyi a.
ZEC 5:7 Epi vwala, yon kouvèti an plon ki peze yon talan (40 kilo) te vin leve. Epi te gen yon fanm ki chita nan mitan panyen an”.
ZEC 5:8 Zanj la te di: “Sa se Mechanste!” Epi li te jete fanm nan rive nan mitan panyen efa a, e li te voye mas plon an sou bouch panyen an.
ZEC 5:9 Mwen te leve zye m, mwen te gade, e mwen te wè te gen de fanm ak van nan zèl yo. Zèl yo te tankou zèl a sigòy. Konsa, yo te leve panyen efa a antre tè a ak syèl la.
ZEC 5:10 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Se ki kote yo prale ak panyen an la a?”
ZEC 5:11 Li te di mwen: “Pou bati yon tanp pou fanm nan, nan peyi Schinear. Konsa, lè l fin prepare, fi a va pozisyone la sou pwòp baz pa l.”
ZEC 6:1 Alò, mwen te leve zye m ankò pou m te gade, e vwala te gen kat cha ki t ap soti parèt antre de mòn. Mòn yo te mòn ki fèt an bwonz.
ZEC 6:2 Nan premye cha a, te gen cheval wouj. Nan dezyèm cha a, te gen cheval nwa.
ZEC 6:3 Nan twazyèm cha a te gen cheval blan. Nan katriyèm cha a, te gen cheval takte yo, tout nan yo byen dyanm.
ZEC 6:4 Konsa mwen te pale. Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye, mèt mwen?”
ZEC 6:5 Zanj lan te reponn mwen. Li te di: “Sa yo se kat lespri a syèl yo k ap prale soti devan Senyè a tout tè a.
ZEC 6:6 Cha kote cheval nwa yo ye a ap prale nan peyi nò a, epi blan yo te soti dèyè yo. Epi takte yo ap prale nan peyi sid la.”
ZEC 6:7 Konsa, cheval ki dyanm yo te ale. Yo te sòti pou yo ta ka mache ale retou sou tè a. Konsa, yo te mache ale retou sou latè a.
ZEC 6:8 Answit, li te rele m. Li te pale pou di m: “Gade byen, yo se sila k ap prale vè peyi nò a, e yo te apeze chalè kòlè Mwen nan peyi nò a.”
ZEC 6:9 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
ZEC 6:10 “Pran yon ofrann soti nan egzile yo, soti nan Heldaï, Tobija, ak Jedaeja. Ale nan menm jou a e antre lakay Josias, fis a Sophonie an, kote yo soti Babylone nan.
ZEC 6:11 Pran ajan ak lò, fè yon kouwòn byen bèl, e mete li sou tèt a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la.
ZEC 6:12 Epi di a li menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, nonm ki gen non ki rele Scion an. Li va grandi soti kote Li ye a, e Li va bati tanp SENYÈ a.
ZEC 6:13 Wi, se Li menm ki va bati tanp SENYÈ a. Li va pote laglwa, e Li va chita pou gouvène sou twòn Li an. Konsa, Li va yon prèt ki chita sou twòn Li, e konsey lapè a va antre yo de (2).’”
ZEC 6:14 Alò kouwòn yo va devni yon souvni nan tanp SENYÈ a pou Hélem, Tobija, Jedaeja, Hen, fis a Sophonie an.
ZEC 6:15 Sila ki lwen yo va vin bati nan tanp SENYÈ a.” Konsa ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen vè nou. Sa va vin rive si nou obeyi nèt SENYÈ a, Bondye nou an.
ZEC 7:1 Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu.
ZEC 7:2 Alò, vil Béthel te voye Scharetser, Réguem-Mélec avèk moun pa yo pou chache favè SENYÈ a,
ZEC 7:3 pou li te pale ak prèt ki apatyen a lakay SENYÈ Dèzame Yo, a pwofèt yo pou di: “Èske mwen ta dwe kriye nan senkyèm mwa a, pou mete m apa, menm jan mwen te fè l pandan tout lane sa yo?”
ZEC 7:4 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
ZEC 7:5 “Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou Mwen ke nou te fè jèn nan?
ZEC 7:6 Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou?
ZEC 7:7 Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun, e t ap pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo, e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’”
ZEC 7:8 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di:
ZEC 7:9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vre jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li.
ZEC 7:10 Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’
ZEC 7:11 Men yo te refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande.
ZEC 7:12 Yo te fè kè yo di tankou silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo.
ZEC 7:13 Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa yo va rele, e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo.
ZEC 7:14 Men Mwen va gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.”
ZEC 8:1 Pawòl SENYÈ Dèzame yo te vini kote mwen. Li te di:
ZEC 8:2 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Mwen jalou anpil pou Sion; wi, ak gwo kòlè Mwen jalou pou li.”
ZEC 8:3 Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”
ZEC 8:4 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Va gen ni granmoun gason, ni granmoun fanm nan ri a Jérusalem yo. Chak gason ak baton nan men l akoz anpil laj li.
ZEC 8:5 Epi ri vil yo va vin ranpli ak jenn gason, e jenn fi k ap jwe nan ri yo tou.”
ZEC 8:6 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Si sa parèt etonan nan zye a retay pèp sila a, nan jou sa yo, èske sa va parèt etonan tou nan zye pa m?” deklare SENYÈ Dèzame yo.
ZEC 8:7 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Gade byen, Mwen va sove pèp Mwen soti nan peyi lès la, e soti nan peyi lwès la.
ZEC 8:8 Mwen va mennen yo vin rete nan mitan Jérusalem. Yo va pèp Mwen, e Mwen va Bondye yo nan laverite ak ladwati.”
ZEC 8:9 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Kite men nou vin dyanm, nou menm k ap koute nan jou sa yo, pawòl sa yo ki soti nan bouch a pwofèt ki te pale nan jou ke fondasyon kay SENYÈ Dèzame yo te poze a, menm tanp lan, pou li te kapab vin bati.
ZEC 8:10 Paske avan jou sa yo, pa t gen salè pou moun, pa t gen salè bèt; pa t gen lapè nonplis pou sila ki t ap antre oswa ki t ap soti, akoz lènmi li yo. Paske Mwen te mete tout moun kont pwochen yo.
ZEC 8:11 Men koulye a, Mwen p ap aji ak retay pèp sa a tankou nan tan ansyen yo,” deklare SENYÈ Dèzame yo.
ZEC 8:12 “Paske va gen semans lapè; pye rezen an va bay fwi li, peyi a va fè pwodiksyon pa l, e syèl yo va bay lawouze yo. Konsa, Mwen va fè retay a pèp sa a vin eritye tout bagay sa yo.
ZEC 8:13 Li va vin rive ke menm jan nou te yon madichon pami nasyon yo, O lakay Juda, konsa Mwen va sove nou, pou nou kapab devni yon benediksyon. Pa pè, men kite men nou rete dyanm.”
ZEC 8:14 Paske konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Menm jan ke Mwen te gen entansyon fè nou mal lè papa zansèt nou yo te pwovoke Mwen a lakòlè a,” pale SENYÈ Dèzame yo, “epi Mwen pa t ap repanti,
ZEC 8:15 konsa ankò, Mwen te pran desizyon nan jou sila yo pou fè byen pou Jérusalem ak lakay Juda. Pa pè!
ZEC 8:16 Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo.
ZEC 8:17 Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.
ZEC 8:18 Epi pawòl SENYÈ Dèzame yo te vin kote mwen. Li te di:
ZEC 8:19 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk lanmou, laverite ak lapè.”
ZEC 8:20 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Li va toujou rive ke pèp nasyon yo va vini, pèp a anpil vil.
ZEC 8:21 Pèp k ap viv nan yon nasyon va ale nan yon lòt e va di: ‘Annou ale vit chache favè SENYÈ a, e chache SENYÈ Dèzame yo. Mwen menm tou, mwen prale.’
ZEC 8:22 Konsa anpil pèp ak nasyon pwisan va vin chache SENYÈ Dèzame yo nan Jérusalem, e pou mande favè SENYÈ a.”
ZEC 8:23 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va kenbe vètman a sila ki Jwif la, e va di: ‘N aprale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’
ZEC 9:1 Yon revelasyon. Pawòl SENYÈ a kont peyi Hadrac la, e l ap poze sou Damas, paske zye a lòm ak tout tribi Israël se vè SENYÈ a,
ZEC 9:2 epi osi vè Hamath, ki nan lizyè li a; Tyr ak Sidon paske yo saj anpil.
ZEC 9:3 Paske Tyr te bati pou kont li yon fò; li te fè depo ajan tankou pousyè, ak depo lò tankou labou nan lari.
ZEC 9:4 Gade byen, SENYÈ a va rache tout sa li posede, e jete tout richès li yo nan lanmè. Li va devore nèt ak dife a.
ZEC 9:5 Askalon va wè l e vin pè. Anplis, gaza va tòde ak gwo doulè; epi Ékron, pou sa li te atann va desi. Anplis ke sa, wa a va peri Gaza e Askalon va vin pa gen moun.
ZEC 9:6 Yon ras mele va vin rete Asdod e Mwen va rache ògèy a Filisten yo.
ZEC 9:7 Mwen va retire san li, soti nan bouch li, ak abominasyon soti nan mitan dan l yo. Konsa, yo va devni osi yon retay pou Bondye nou an. Yo va tankou yon chèf pou Juda, e Ékron va tankou Jebizyen yo.
ZEC 9:8 Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a, pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen. Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò. Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.
ZEC 9:9 Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.
ZEC 9:10 Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.
ZEC 9:11 Menmjan an pou ou menm tou, akoz san akò Mwen an ki avèk ou, Mwen te mete prizonye ou yo an libète soti nan twou fòs ki pa gen dlo a.
ZEC 9:12 Retounen nan sitadèl la, O prizonye ki gen lespwa a! Nan jou sa a menm, Mwen deklare ke Mwen va remèt ou doub de sa.
ZEC 9:13 Paske Mwen te koube Juda konsi se te banza Mwen. Mwen te plen banza a avèk Éphraïm. Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion, kont fis ou yo, O Grèce, e Mwen va fè ou vin tankou nepe a yon gèrye pwisan.
ZEC 9:14 Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo, e flèch Li va pati tankou kout loray. Senyè BONDYE a va sone twonpèt la, e Li va mache nan van tanpèt sid yo.
ZEC 9:15 SENYÈ dèzame yo va defann yo. Yo va devore, e yo va foule anba pye ak tout wòch fistibal yo. Yo va bwè, e fè bwi tankou se diven y ap bwè. Epi yo va vin ranpli tankou basen sakrifis, tankou kwen lotèl yo.
ZEC 9:16 Konsa SENYÈ a, Bondye yo a, va sove yo nan jou sa a, tankou foul moun a pèp Li a; paske yo tankou wòch presye, bijou yon kouwòn k ap klere toupatou anwo tout peyi Li a.
ZEC 9:17 Paske a la gran, bonte Li va gran, e a la gran, bèlte Li va gran! Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere ak diven nèf pou vyèj yo.
ZEC 10:1 Mande pou lapli ki sòti nan SENYÈ a nan epòk prentan. Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo; epi se Li ki bay lapli lejè a tout pou jaden plant yo.
ZEC 10:2 Paske zidòl lakay yo pale inikite; divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè, ke yo repete kon fo rèv. Yo bay rekonfò an ven. Konsa, pèp la mache egare tankou mouton; yo aflije akoz yo pa gen bèje.
ZEC 10:3 Kòlè Mwen limen kont bèje yo. Mwen va pini mal kabrit yo, paske SENYÈ dèzame yo te vizite bann mouton li an lakay Juda, e Li va fè yo vin tankou cheval majeste Li nan batay la.
ZEC 10:4 De li menm, va vin parèt wòch ang lan, de li menm, pikèt tant lan, de li menm, banza batay la, de li menm, tout wa yo ansanm.
ZEC 10:5 Yo va tankou mesye pwisan yo, k ap foule lènmi yo anba pye yo, nan labou lari a nan batay la. Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo; epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye.
ZEC 10:6 Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va sove lakay Joseph la, e mwen va fè yo retounen; paske Mwen gen konpasyon pou yo. Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo, e mwen va reponn yo.
ZEC 10:7 Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan e kè yo va kontan konsi se ak diven. Anverite, pitit yo va wè sa, e yo va kontan, kè yo va rejwi nan SENYÈ a.
ZEC 10:8 Mwen va soufle pou yo pou yo kab vin rasanble yo, paske Mwen te rachte yo. Konsa, yo va vin anpil, jan yo te ye oparavan an.
ZEC 10:9 Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo, yo va sonje Mwen nan peyi lwen yo. Yo va viv ak pitit yo, e yo va retounen.
ZEC 10:10 Mwen va mennen yo retounen soti nan peyi Égypte la, e rasanble yo soti Assyrie. Mwen va mennen yo antre nan peyi Galaad ak Liban jiskaske pa gen espas pou yo.
ZEC 10:11 Li va pase nan lanmè afliksyon an, e Li va frape lanm lanmè yo, jiskaske tout pwofondè Rivyè Nil lan vin sèch. Epi ògèy Assyrie va vin bese e baton Égypte la va sòti.
ZEC 10:12 Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.
ZEC 11:1 Ouvri pòt ou yo, O Liban, pou dife ka devore bwa sèd ou yo.
ZEC 11:2 Rele anmwey, O pye siprè a, paske bwa sèd la fin tonbe, akoz bèl ab plen ak glwa yo fin detwi. Rele anmwey, O bwadchenn a Basan yo, paske gran forè a fin tonbe.
ZEC 11:3 Men yon vwa kriye lamantasyon a bèje yo! Paske glwa gran forè yo fin detwi; yon vwa jenn lyon k ap gwonde a! Paske ògèy Jourdain an fin kraze nèt.
ZEC 11:4 Konsa pale SENYÈ a, Bondye mwen an: “Nouri bann mouton k apkòche a.
ZEC 11:5 Sila ki achte yo, kòche yo, e rete san koupabilite. Sila ki vann yo va di: ‘Beni se SENYÈ a, paske mwen vin rich!’ Epi pwòp bèje pa yo pa menm gen pitye pou yo.
ZEC 11:6 Paske Mwen p ap fè pitye ankò pou pèp peyi a,” deklare SENYÈ a; “men gade byen, Mwen va delivre tout mesye yo, yo tout anba men pwochen yo, e anba pouvwa a wa li a. Y ap frape peyi a, e Mwen p ap delivre yo anba pouvwa yo.”
ZEC 11:7 Konsa, mwen te nouri bann mouton pou kòche a; sitou, aflije nan bann mouton yo. Mwen te pran pou mwen de baton: youn mwen te rele Gras e lòt la, mwen te rele li Tèt Ansanm. Konsa, mwen te nouri bann mouton an.
ZEC 11:8 Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou.
ZEC 11:9 Epi mwen te di: “Mwen p ap nouri nou. Sa ki fèt pou mouri, kite l mouri, e sa ki fèt pou koupe retire nèt, kite l koupe retire. Epi konsa, kite sila ki rete yo manje chè youn lòt.”
ZEC 11:10 Mwen te pran baton Gras la, e mwen te koupe li an twa mòso pou m te kab kraze akò ke m te fè ak tout pèp la.
ZEC 11:11 Konsa, li te kraze nan jou sa a. Epi konsa, aflije nan bann mouton yo ki t ap gade mwen an, te vin konprann ke se te pawòl SENYÈ a.
ZEC 11:12 Mwen te di yo: “Si sa bon nan zye nou, peye m salè mwen an, men si se pa sa, pa okipe w.” Konsa, yo te peze trant sik ajan kòm salè mwen an.
ZEC 11:13 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Jete sa vè bòs potye a—pri manyifik valè M ki te estime pa yo menm nan!” Konsa, mwen te pran trant sik ajan, e mwen te jete yo vè bòs potye a, lakay SENYÈ a.
ZEC 11:14 Epi mwen te koupe an mòso dezyèm baton ki rele Tèt Ansanm nan, pou kraze fratènite ki te egziste antre Juda ak Israël la.
ZEC 11:15 SENYÈ a te di mwen: “Pran ankò pou ou menm, enstriman a yon bèje ki san konprann.
ZEC 11:16 Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a, men li va devore chè a mouton gra yo, e li va menm chire retire zago yo.
ZEC 11:17 Malè a bèje san valè ki abandone bann mouton an! Nepe va sou bra li ak sou zye dwat li! Bra li va vin seche nèt e zye dwat la va vin avèg nèt.”
ZEC 12:1 Pwofesi pawòl SENYÈ a konsènan Israël la. Konsa pale SENYÈ ki etann syèl yo a, ki poze fondasyon latè yo, e ki kreye lespri a lòm nan anndan l.
ZEC 12:2 “Gade byen, Mwen ap fè Jérusalem vin yon tas ki va fè tout pèp ki antoure l yo, vin toudi. Epi nan lè syèj la kont Jérusalem nan, li va vin osi, kont Juda.
ZEC 12:3 Li va vin rive nan jou sa a, ke Mwen va fè Jérusalem vin yon wòch ki lou pou tout pèp yo. Tout moun ki vin leve l va vin blese grav. Epi tout nasyon latè yo va rasanble ansanm kont li.
ZEC 12:4 Nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Mwen va frape tout cheval yo pou l dezoryante, e chevalye yo avèk foli. Men Mwen va ouvri zye Mwen sou lakay Juda, pandan Mwen ap frape tout cheval a pèp nasyon yo, pou yo vin avèg.
ZEC 12:5 Konsa, tout chèf a Juda yo, va di nan kè yo: ‘Moun ki rete Jérusalem yo se fòs mwen nan SENYÈ dèzame yo, Bondye pa yo a.’
ZEC 12:6 Nan jou sa a, Mwen va fè chèf Juda yo vin tankou yon gwo boukan dife pami mòso bwa yo, ak yon tòch k ap fè flanm dife pami pakèt sereyal yo. Yo va devore tout pèp ki ozanviwon yo, ni sou men dwat yo, ni sou men goch yo, pandan sila ki rete Jérusalem yo, va toujou demere nan pwòp lye pa yo Jérusalem.
ZEC 12:7 SENYÈ a va osi sove anpremye tant a Juda yo, pou glwa kay David la, e glwa a sila ki viv rete Jérusalem, p ap depase Juda.
ZEC 12:8 Nan jou sa a, SENYÈ a va defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou zanj SENYÈ a devan yo.
ZEC 12:9 Epi nan jou sa a, Mwen va kòmanse detwi tout nasyon ki vini kont Jérusalem yo.
ZEC 12:10 Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li.
ZEC 12:11 Nan jou sa a, va gen gwo doulè Jérusalem, tankou fè dèy pou Hadadrimmon nan vale Meguiddon an.
ZEC 12:12 Peyi a va kriye, chak fanmi apa; fanmi lakay David la, apa, e madanm yo, apa; fanmi lakay Nathan an, apa, e madanm yo apa;
ZEC 12:13 fanmi lakay Levi, apa, e madanm yo, apa; fanmi a Schimeï yo, apa, e madanm yo, apa;
ZEC 12:14 tout fanmi ki rete yo, chak fanmi apa; e madanm yo, apa.
ZEC 13:1 “Nan jou sa a, va gen yon fontèn dlo ki va ouvri pou lakay David, e pou sila ki rete Jérusalem yo, pou peche ak salte.
ZEC 13:2 “Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a, e yo p ap sonje yo ankò. Mwen va osi retire pwofèt yo ak lespri pa pwòp la soti nan peyi a.
ZEC 13:3 Lè yon moun va pwofetize, alò, papa l ak manman l ki te fè l la va di li: ‘Ou p ap viv, paske ou pale sa ki fo nan non SENYÈ a.’ Konsa, papa li ak manman li ki te fè l la, va fwennen l lè li pwofetize.
ZEC 13:4 Anplis, li va vin rive nan jou sa a, ke tout pwofèt yo va vin wont de vizyon yo fè, lè yo ap pwofetize. Yo p ap mete gwo wòb fèt an pwal pou twonpe moun;
ZEC 13:5 men yon pwofèt va di: ‘Mwen pa yon pwofèt; mwen se yon kiltivatè tè a, paske mwen se yon sèvitè atache nèt depi mwen jèn.’
ZEC 13:6 Konsa, yon moun va vin di l: ‘Ki blesi sa ki nan mitan bra ou yo?’ Epi li va reponn: ‘Sa yo se blesi ke mwen te pran lakay zanmi mwen yo.’
ZEC 13:7 “Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.
ZEC 13:8 “Sa va vin rive nan tout peyi a” deklare SENYÈ a, “Ke de pati nan li va vin koupe retire pou l mouri; men twazyèm pati a va rete ladan l.
ZEC 13:9 “Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”
ZEC 14:1 Gade byen, yon jou pou SENYÈ a ap vini, jou lè piyaj ke yo rache de nou menm yo, va divize andedan nou.
ZEC 14:2 Paske Mwen va rasanble tout nasyon yo kont Jérusalem pou batay. Vil la va vin kaptire, kay yo va piyaje, fanm yo va vyole. Mwatye nan vil la va voye an egzil, men rès a pèp la p ap koupe retire de vil la.
ZEC 14:3 Konsa, SENYÈ a va parèt pou goumen kont nasyon sila yo, jan Li goumen nan yon jou batay la.
ZEC 14:4 Nan jou sa a, pye Li va poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid.
ZEC 14:5 Nou va sove ale pa vale a mòn Mwen yo, paske vale a mòn yo va rive jis Atzel. Wi, nou va sove ale menm jan ke nou te sove ale devan tranbleman tè nan jou Ozias la, wa Juda a. Epi SENYÈ a, Bondye mwen an va vini e tout sen fidèl yo va avèk Li!
ZEC 14:6 Nan jou sa a p ap gen limyè, ni fredi, ni glas sou tè.
ZEC 14:7 Li va yon jou inik ki konnen pa SENYÈ a; li p ap ni lajounen ni lannwit, men li va vin rive ke nan aswè, va gen limyè.
ZEC 14:8 Li va rive nan jou sa a, kouran dlo yo va koule sòti Jérusalem; mwatye nan yo vè pati lès lanmè a, e lòt mwatye a vè pati lwès lanmè a. Li va konsa ni nan sezon ete ni nan sezon ivè.
ZEC 14:9 Epi SENYÈ a va wa sou tout tè a. Nan jou sa a, SENYÈ a va yon sèl, e non Li va yon sèl.
ZEC 14:10 Tout peyi a va devni yon savann, depi Guéba jis rive Rimmon, nan sid Jérusalem. Men Jérusalem va vin leve, e rete nan plas li soti nan Pòtay Benjamin an, jis rive nan pozisyon premye Pòtay la, pou janbe nan Pòtal Kwen an, e soti nan tou Hananéel la, jis rive nan pèz diven a wa a.
ZEC 14:11 Moun yo va viv ladann, e p ap gen malediksyon ankò, paske Jérusalem va rete ansekirite.
ZEC 14:12 Men sa va fleyo avèk sila SENYÈ a va frape tout pèp ki te fè lagè kont Jérusalem yo: chè yo va pouri pandan yo kanpe sou pye yo, zye yo va pouri nan tèt yo, e lang yo va pouri nan pwòp bouch yo.
ZEC 14:13 Li va vin rive nan jou sa a ke yon gwo panik ki sòti nan SENYÈ a va tonbe sou yo. Konsa, chak va kenbe men vwazen l, e men a youn va vin leve kont men a lòt la.
ZEC 14:14 Anplis, Juda va goumen nan Jérusalem. Richès a tout nasyon ki ozanviwon yo va vin rasanble ansanm; lò, ajan ak vètman an gran kantite.
ZEC 14:15 Jan fleyo sa a ye a, se konsa tou fleyo a va ye sou cheval, milèt, chamo, bourik ak tout bèf ki va nan kan sa yo.
ZEC 14:16 Epi li va vin rive ke tout moun ki rete nan tout nasyon ki te ale kont Jérusalem yo, yo tout va ale monte ane pa ane pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, e pou selebre Fèt Tonèl yo.
ZEC 14:17 Epi sa va rive ke nenpòt moun nan fanmi sou latè yo ki pa monte Jérusalem pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, Lapli p ap tonbe sou yo.
ZEC 14:18 Si fanmi peyi Egypte la pa monte oswa pa vini; alò, lapli p ap tonbe sou yo. Va gen fleyo ke SENYÈ a te frape nasyon ki pa t monte pou selebre Fèt Tonèl Yo.
ZEC 14:19 Sa va pinisyon Egypte la ak pinisyon a tout nasyon ki pa monte pou selebre Fèt Tonèl yo.
ZEC 14:20 Nan jou sa a, va gen anons sa sou klòch cheval yo: “SEN A SENYÈ A”. Epi chodyè ki kwit manje lakay SENYÈ yo, va tankou bòl devan lotèl yo.
ZEC 14:21 Tout chodyè pou kwit manje Jérusalem ak Juda yo, va vin sen pou SENYÈ Dèzame yo; epi tout moun ki fè sakrifis yo va vin pran yo, e bouyi sakrifis ladan yo. Epi p ap gen ankò, yon Kananeyen nan kay SENYÈ Dèzame yo nan jou sa a.
MAL 1:1 Revelasyon pawòl SENYÈ a bay Israël pa Malachie.
MAL 1:2 “Mwen te renmen nou,” pale SENYÈ a. Men ou di: “Nan kisa ou te renmen nou an?” “Se pa Ésaü ki te frè Jacob?” deklare SENYÈ a. “Men se Jacob Mwen te renmen;
MAL 1:3 men Mwen te rayi Ésaü. Mwen te fè mòn li yo vin yon kote dezole, e Mwen te livre eritaj li bay chen mawon dezè yo.”
MAL 1:4 Tandiske Edom di: “Yo fin bat nou nèt, men nou va retounen vin bati sou ranblè yo;” konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Yo va bati, men mwen va jete; konsa, moun va rele yo peyi mechan an, e pèp sou sila SENYÈ a fache pou tout tan an.”
MAL 1:5 Zye nou va wè sa e nou va di: “SENYÈ a gran, menm pi lwen lizyè Israël la!”
MAL 1:6 “Yon fis onore papa li, e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ Dèzame yo a prèt yo ki meprize non Mwen an. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’
MAL 1:7 N ap ofri pen ki souye sou lotèl Mwen an. Men nou di: ‘Nan kisa nou te souye Ou a?’ Nan sa, n ap di: ‘Tab SENYÈ a meprizab.’
MAL 1:8 Lè nou ofri bèt avèg kon sakrifis la, èske sa pa yon mal? Epi lè nou ofri bèt ki bwate, e ki malad la, èske sa pa yon mal? Poukisa nou pa ofri sa yo bay gwo chèf peyi a? Èske l ap kontan avèk nou? Oswa, èske se ak dousè ak kè kontan ke l ap aksepte nou?” pale SENYÈ Dèzame yo.
MAL 1:9 Men koulye a, chèche mande favè Bondye, pou Li kapab beni nou? Ak yon ofrann konsa, èske L ap aksepte okenn nan nou ak dousè? mande SENYÈ Dèzame yo.
MAL 1:10 O ke te genyen youn nan nou pou ta fèmen pòt yo, pou nou pa ta chofe dife pou granmèsi sou lotèl Mwen an! “Mwen pa kontan avèk nou”, pale SENYÈ Dèzame yo. “Ofrann nan k ap sòti nan men nou, Mwen p ap aksepte l nonpli.
MAL 1:11 Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, non Mwen va gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo.
MAL 1:12 “Men nou ap pwofane li lè nou di: ‘Tab SENYÈ a vin souye, fwi li, menm manje li vin meprizab.’
MAL 1:13 Nou di tou: ‘Gade, a la fatigan sa fatigan!’ Nou pa vle menm pran sant li,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Konsa, nou te pote sa ke yo te pran nan vyolans, sa ki te bwate ak sa ki te malad. Konsa menm, nou pote ofrann nan! Èske se sa ke Mwen ta dwe aksepte nan men nou an?” pale SENYÈ a.
MAL 1:14 “Men malè pou sila k ap twonpe a, ki gen nan bann mouton li an, yon mal, ki fè sèman pou livre li, men ki anfen, fè sakrifis bay SENYÈ a ak yon bèt ki gen defo. Paske Mwen se yon gwo Wa,” pale SENYÈ Dèzame yo, “e non Mwen etonan pami nasyon yo.”
MAL 2:1 “Alò, koulye a, prèt yo, lòd sa a se pou nou.
MAL 2:2 Si nou pa koute e si nou pa pran sa a kè pou bay lonè a non Mwen”, pale SENYÈ dèzame yo, “alò, Mwen va voye malediksyon sou nou, e Mwen va fè benediksyon nou yo vin tounen malediksyon. Anverite, Mwen fin modi yo deja, akoz nou pa pran sa a kè.
MAL 2:3 Gade byen, Mwen va fè repwòch nou rive jis sou desandan nou yo, e Mwen va gaye poupou sou figi nou, menm poupou a festen nou yo; epi nou va vin disparèt ansanm avè l.
MAL 2:4 Konsa, nou va konnen ke Mwen te voye lòd sa a bannou, pou akò Mwen an kapab kontinye ak Lévi”, pale SENYÈ dèzame yo.
MAL 2:5 “Akò Mwen an avèk li se te akò pou lavi ak lapè. Mwen te bay li yo pou li ta kab vin gen lakrent anvè M; epi konsa, li te krent Mwen e te vin gen gwo lakrent pou non Mwen.
MAL 2:6 Lalwa verite a te nan bouch li, e inikite pa t janm sou lèv li. Li te mache avè M nan lapè ak ladwati, e li te detounen anpil moun soti nan inikite.
MAL 2:7 Paske lèv a yon prèt dwe gade konesans, e moun ta dwe chache lalwa soti nan bouch li. Paske li se mesaje a SENYÈ dèzame yo.
MAL 2:8 Men pou nou menm, nou te detounen kite chemen an. Nou te koze anpil moun chite nan lalwa a. Nou te dezonore akò Lévi a,” pale SENYÈ dèzame yo.
MAL 2:9 “Akoz sa Mwen te fè nou vin meprizab tou, e vin imilye devan tout pèp la, akoz nou pa t gade chemen Mwen yo, men nou te nan patipri nan lalwa a.
MAL 2:10 Èske se pa yon sèl papa nou genyen? Èske se pa yon sèl Bondye a ki te kreye nou? Poukisa nou chak ap trayi pwòp frè nou, nan pwofane akò a papa zansèt nou yo?
MAL 2:11 Juda te aji nan enfidelite, e yon abominasyon te fèt an Israël ak Jérusalem; paske Juda te pwofane sanktyè a SENYÈ a, ke li renmen, e te vin marye ak fi a yon dye etranje.
MAL 2:12 SENYÈ a va koupe retire nonm nan ki fè sa a, sila ki leve e sila ki reponn nan, soti nan tant a Jacob yo, oswa sila ki prezante ofrann a SENYÈ Dèzame yo.
MAL 2:13 “Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou.
MAL 2:14 Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an.
MAL 2:15 Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.
MAL 2:16 Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.
MAL 2:17 “Nou te fatige SENYÈ a ak pawòl nou yo. Malgre sa, nou di: ‘Nan kisa nou te fatige Li a?’ Paske n ap di: ‘Tout moun k ap fè mal, bon nan zye SENYÈ a, e Li pran plezi nan yo;’ oswa ‘Kote Bondye jistis la ye?’”
MAL 3:1 “Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.
MAL 3:2 “Men se kilès k ap ka sipòte jou vini Li an? Oswa, se kilès k ap ka kanpe lè Li parèt la? Paske se va tankou dife nan founo a, e se va tankou savon lesiv.
MAL 3:3 Li va chita tankou yon bòs metal k ap pirifye ajan. Li va pirifye fis a Levi yo, e rafine yo tankou lò ak ajan, pou yo ka ofri bay SENYÈ a ofrann ladwati.
MAL 3:4 Konsa, ofrann Juda ak Jérusalem yo va yon plezi pou SENYÈ a, tankou nan jou ansyen ak jou lontan yo.
MAL 3:5 “Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.
MAL 3:6 “Paske Mwen menm SENYÈ a, Mwen pa chanje. Se pou sa, nou menm, O fis a Jacob yo, nou pa t fin detwi nèt.
MAL 3:7 Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo, e nou pa t kenbe yo. Retounen vin jwenn Mwen, e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’
MAL 3:8 “Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo.
MAL 3:9 Nou vin modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt!
MAL 3:10 Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li.
MAL 3:11 Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo.
MAL 3:12 “Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.
MAL 3:13 “Pawòl nou yo te di kont mwen.” Pale SENYÈ a. “Malgre sa, nou di: ‘Kisa nou te pale kont Ou yo?’
MAL 3:14 “Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo?
MAL 3:15 Koulye a, nou vin rele moun ògeye yo, ‘beni’. Non sèlman malfektè yo vin leve wo, men yo menm tante Bondye, e yo chape.’”
MAL 3:16 Answit, sila ki te gen lakrent SENYÈ yo te pale a youn lòt; konsa, SENYÈ a te prete zòrèy Li. Li te tande yo, e yon liv souvni te ekri devan Li pou sila ki te gen lakrent SENYÈ yo, e ki te bay gwo respè a non Li yo.
MAL 3:17 “Konsa, yo va vin pou Mwen”, pale SENYÈ Dèzame yo, “nan jou sa a ke M prepare posesyon Mwen an. Epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.”
MAL 3:18 Konsa, nou va retounen pou nou byen konprann diferans lan antre ladwati ak mal, antre sila k ap sèvi Bondye, ak sila ki p ap sèvi Li.
MAL 4:1 “Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.
MAL 4:2 Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.
MAL 4:3 Nou va foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè a,” pale SENYÈ dèzame yo.
MAL 4:4 “Sonje lalwa a sèvitè Mwen an, Moïse, règleman ak òdonans ke M te kòmande li nan Horeb pou tout Israël yo.
MAL 4:5 “Gade byen, Mwen ap voye bannou Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a.
MAL 4:6 Li va tounen kè a papa yo vè pitit yo, e kè a pitit yo vè papa yo, pou m pa vin frape peyi a avèk yon malediksyon.”
MAT 1:1 Rejis a zansèt Jésus Kris yo, fis a David, fis a Abraham nan.
MAT 1:2 Abraham te papa Isaac. Isaac te fè Jacob. Jacob te papa Juda ak lòt frè l yo.
MAT 1:3 Juda te papa Pharès avèk Zara pa Thamar, Pharès te papa Esrom, epi Esrom te papa a Ram.
MAT 1:4 Ram te papa Aminadab. Aminadab te papa Naasson. Naasson te papa Salmon.
MAT 1:5 Salmon e Rehab te fè Boaz. Boaz te papa Obed pa Ruth; Obed te papa Isaï.
MAT 1:6 Epi Isaï te bay nesans a David, wa a. David te fè Salomon pa Bathshéba ki te madanm a Urie.
MAT 1:7 Salomon te fè Roboam. Roboam fè Abia, e pa Abia, Asa.
MAT 1:8 Asa te fè Josaphat, e pa Josaphat, Joram. Pa Joram, Ozias;
MAT 1:9 Pou Ozias te fèt Jotham; e a Jotham, Achaz; a Achaz, Ézéchias;
MAT 1:10 epi pa Ézéchias te fèt Manassé; e a Manassé, Amon; e pa Amon Josias;
MAT 1:11 Josias te fè Jéchonias ak frè li yo nan tan depòtasyon Babylone nan.
MAT 1:12 Aprè depòtasyon Babylone nan, Jéchonias te fè Salathiel; e pa Salathiel, Zorobabel.
MAT 1:13 A Zorobabel te fèt Abiud; e a Abiud, Eliakim, e a Eliakim, Azor.
MAT 1:14 Pou Azor te vin fèt Sadok, e a Sadok, Achim, e a Achim, Éliud.
MAT 1:15 A Éliud te vin fèt Éléazar. Éléazar te fè Matthan, e pou Matthan, Jacob.
MAT 1:16 Jacob te fè Joseph, mari a Marie a, manman a Jésus ke yo rele Kris la.
MAT 1:17 Konsa, tout jenerasyon yo soti nan Abraham jiska David se katòz jenerasyon epi kite David pou rive nan depòtasyon Babylone nan, se katòz jenerasyon. E poukite depòtasyon Babylone nan pou rive a Kris La, se katòz jenerasyon.
MAT 1:18 Nesans a Jésus, Kris la te fèt konsa: Lè manman Li, Marie, te fiyanse ak Joseph, avan ke yo te vini ansanm, li te twouve ansent pa Lespri Sen an.
MAT 1:19 Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè.
MAT 1:20 Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa: “Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an.
MAT 1:21 Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”
MAT 1:22 Tout sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa Senyè a, atravè pwofèt yo;
MAT 1:23 “Koute byen, vyèj la va vin ansent e l ap fè yon gason. Y ap nonmen li Emmanuel”, ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.
MAT 1:24 Konsa, Joseph te leve nan dòmi. Li te fè sa ke zanj Senyè a te mande l fè a, e te pran li pou madanm li.
MAT 1:25 Li te kenbe l kon yon vyèj jiskaske li te fin fè gason an, epi li te rele li Jésus.
MAT 2:1 Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande;
MAT 2:2 “Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”
MAT 2:3 Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li.
MAT 2:4 Li te rasanble tout chèf prèt yo avèk skrib a pèp la, e te kòmanse mande yo kote Kris la t ap fèt la.
MAT 2:5 Yo te di li: “Nan Bethléem a Judée jan li te ekri pa pwofèt la”;
MAT 2:6 “E ou menm, Bethléem, peyi Judée, ou pa manke valè pami chèf Judée yo: paske yon Gran Chèf k ap sòti nan ou menm, Li va vin yon bèje pou pèp Mwen an, Israël”.
MAT 2:7 Konsa, Hérode te rele mesye saj yo an sekrè pou fè yon ankèt egzakt pou konnen kilè zetwal la te parèt la.
MAT 2:8 Li te voye yo Bethléem e li te di yo: “Ale Chèche pou twouve Pitit la, e lè nou jwenn li, voye di m sa, pou m ka ale adore Li tou.”
MAT 2:9 Lè yo fin tande wa a, yo ale fè wout yo, e konsa zetwal la ke yo te wè nan lès la, te ale devan yo jiskaske li te vin kanpe kote menm ke Pitit la te ye a.
MAT 2:10 Lè yo te wè zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa.
MAT 2:11 Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami.
MAT 2:12 Men akoz ke yo te avèti nan yon rèv ke yo pa t dwe retounen kote Hérode, yo te ale nan peyi yo pa yon lòt wout.
MAT 2:13 Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”
MAT 2:14 Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L pandan nwit lan pou te ale an Égypte.
MAT 2:15 Li te rete la jiskaske Hérode te mouri. Sa te fèt pou akonpli sa Senyè a te pale pa pwofèt la pou li ta kapab akonpli lè l te di: “Pou soti an Égypte, Mwen te rele Fis Mwen an”.
MAT 2:16 Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.
MAT 2:17 Konsa, sa ki te pale pa pwofèt Jérémie an te vin akonpli lè l te di konsa:
MAT 2:18 “Yon vwa te tande nan Rama; yo te kriye e fè gwo lamantasyon. Rachel ki t ap kriye pou Pitit li yo; li te refize konsole, paske yo pa t la ankò.”
MAT 2:19 Men lè Hérode te vin mouri, yon zanj te parèt an Égypte pou di Joseph nan yon rèv:
MAT 2:20 “Leve, pran Pitit la avèk manman L pou ale nan peyi Israël, paske sila yo ki t ap chèche touye Pitit la gen tan mouri.”
MAT 2:21 Konsa Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L, e te ale nan peyi Israël.
MAT 2:22 Men lè li tande ke Archélaüs te gwo chèf nan Judée nan plas papa li, Hérode, li te pè ale la. Lè li te fin avèti pa Bondye nan yon rèv, li te sòti la, e te ale nan anviwon Galilée yo.
MAT 2:23 Li te vin rete nan yon vil yo rele Nazareth pou sa ke pwofèt yo te pale yo ta kapab akonpli: “Yo va rele Li yon Nazareyen”.
MAT 3:1 Alò, nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di:
MAT 3:2 “Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.”
MAT 3:3 Paske sila a se de li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: “Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan, Prepare chemen Bondye a! Fè chemen Li yo dwat”!
MAT 3:4 Alò, Jean li menm te gen yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj.
MAT 3:5 Jérusalem avèk tout Judée t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an.
MAT 3:6 Yo t ap batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.
MAT 3:7 Men lè li te wè anpil Farizyen avèk Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an?
MAT 3:8 Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan.
MAT 3:9 Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: ‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo.
MAT 3:10 Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”
MAT 3:11 “Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.
MAT 3:12 Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”
MAT 3:13 Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize.
MAT 3:14 Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”
MAT 3:15 Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.
MAT 3:16 Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li.
MAT 3:17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”
MAT 4:1 Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan.
MAT 4:2 Lè Li te fin fè jèn karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou.
MAT 4:3 Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”
MAT 4:4 Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
MAT 4:5 Apre sa, Satan te mennen Li antre nan vil sen, Jérusalem nan. Li te fè L kanpe sou pi wo pwent tanp lan.
MAT 4:6 Konsa, li te di Li: “Si Ou menm se Fis Bondye a, jete kò Ou anba, paske sa ekri: ‘L ap bay zanj Li yo lòd de Ou menm, e ‘ak men yo, y ap bay Ou soutyen pou ke Ou pa ta menm frape pye Ou kont yon wòch’”.
MAT 4:7 Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.
MAT 4:8 Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo.
MAT 4:9 Li te di Li: “Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”
MAT 4:10 Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.
MAT 4:11 Konsa, dyab la te kite Li, e lapoula, zanj yo te vini sèvi Li.
MAT 4:12 Alò lè Jésus te tande ke Jean te arete, Li te retire kò li pou L antre Galilée.
MAT 4:13 Lè Li kite Nazareth, Li te vin rete Capernaüm, toupre lanmè a, nan zòn Zabulon avèk Nephtali.
MAT 4:14 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Esaïe te pale lè li te di:
MAT 4:15 “Peyi Zabulon ak peyi Nephtali, toupre lanmè a, lòtbò Jourdain an, Galilée ki pou payen yo”
MAT 4:16 “Pèp la ki te chita nan tenèb la te wè yon gwo limyè; e sila yo ki te chita nan peyi lonbraj lanmò a, sou yo menm yon limyè te vin parèt.”
MAT 4:17 Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:“Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.”
MAT 4:18 Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.
MAT 4:19 Li te di yo: “Swiv Mwen e M ap fè nou vin fè lapèch moun.”
MAT 4:20 Lapoula, yo te kite filè yo pou yo te swiv Li.
MAT 4:21 Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.
MAT 4:22 Imedyatman, yo te kite kannòt la avèk papa yo pou yo te swiv Li.
MAT 4:23 Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.
MAT 4:24 Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.
MAT 4:25 Gran foul la te swiv Li soti Galilée, Decapolis, Jérusalem avèk Judée e rive jis lòtbò Jourdain an.
MAT 5:1 Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L.
MAT 5:2 Li te louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:
MAT 5:3 “Beni se sila yo ki malere an espri; paske wayòm syèl la se pou yo.
MAT 5:4 Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt; yo va konsole.
MAT 5:5 Beni se sila yo ki enb; yo va resevwa tout latè kòm eritaj.
MAT 5:6 Beni se sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati; yo va satisfè.
MAT 5:7 Beni se sila yo ki bay mizerikòd; yo va resevwa mizerikòd.
MAT 5:8 Beni se sila yo ki gen kè pwòp nèt; yo va wè Bondye.
MAT 5:9 Beni se sila yo ki fè lapè; yo va rele yo fis Bondye.
MAT 5:10 Beni se sila yo ki te pèsekite pou ladwati; wayòm syèl la se pou yo.
MAT 5:11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen.
MAT 5:12 Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.
MAT 5:13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
MAT 5:14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache.
MAT 5:15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la.
MAT 5:16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
MAT 5:17 “Pa panse ke Mwen te vini pou aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli.
MAT 5:18 Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve.
MAT 5:19 Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la.
MAT 5:20 Paske m ap di nou ke si ladwati nou pa depase sila a skrib avèk Farizyen yo, nou p ap janm antre nan wayòm syèl la.
MAT 5:21 Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’.
MAT 5:22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.
MAT 5:23 “Pou sa, lè ou ap prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou,
MAT 5:24 kite ofrann ou an la devan lotèl la e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.
MAT 5:25 “Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon.
MAT 5:26 Anverite Mwen di nou, nou p ap soti la jiskaske nou peye dènye santim nan.”
MAT 5:27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’;
MAT 5:28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
MAT 5:29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè.
MAT 5:30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”
MAT 5:31 “Epi yo te konn di: ‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’
MAT 5:32 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.
MAT 5:33 “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’.
MAT 5:34 Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye;
MAT 5:35 ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a.
MAT 5:36 Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa.
MAT 5:37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.
MAT 5:38 “Nou konn tande ke yo konn di: ‘Zye pou zye e dan pou dan’;
MAT 5:39 men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou.
MAT 5:40 Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou.
MAT 5:41 Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt.
MAT 5:42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.
MAT 5:43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’
MAT 5:44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo,
MAT 5:45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
MAT 5:46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou?
MAT 5:47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
MAT 5:48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”
MAT 6:1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.
MAT 6:2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo.
MAT 6:3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè;
MAT 6:4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.
MAT 6:5 “Lè nou ap fè lapriyè, pa fè l tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe pou fè lapriyè nan sinagòg yo ak nan kwen lari pou moun kapab wè yo. Anverite, Mwen di nou, yo gen tan twouve tout rekonpans yo.
MAT 6:6 “Men nou menm, lè nou ap priye, ale nan ti chanm andedan kay nou an, e fèmen pòt nou. Priye a Papa nou ki an sekrè a, e Papa nou ki wè an sekrè a ap bay nou rekonpans.
MAT 6:7 “Lè nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn fè a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz anpil mo.
MAT 6:8 Men pa fè tankou yo; paske Papa nou konnen kisa nou bezwen menm avan nou mande Li.
MAT 6:9 Pou tout sa, priye konsa: “‘Papa nou ki nan syèl la, ke non Ou kapab Sen.
MAT 6:10 Ke Wayòm Ou kapab vini, ke volonte Ou kapab fèt sou latè menm jan ke li fèt nan syèl la.
MAT 6:11 Bay nou pou jou sa a pen ke nou bezwen an,
MAT 6:12 Epi padone nou ofans nou yo menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.
MAT 6:13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
MAT 6:14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm.
MAT 6:15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.
MAT 6:16 “Konsa, lè nou ap fè jèn, pa mete yon figi tris jan ipokrit yo konn fè a. Paske yo neglije aparans yo pou moun kapab wè ke y ap fè jèn. Anverite, yo deja twouve tout rekonpans pa yo.
MAT 6:17 “Men nou menm, lè nou ap fè jèn, onksyone tèt nou avèk lwil e lave figi nou,
MAT 6:18 pou moun pa wè ke nou ap fè jèn, men se Papa nou ki nan sekrè a k ap wè. Konsa, Papa nou ki wè nan sekrè a ap bannou rekonpans.
MAT 6:19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè.
MAT 6:20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè.
MAT 6:21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
MAT 6:22 “Lanp kò nou se zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè.
MAT 6:23 Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb. “Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!
MAT 6:24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.
MAT 6:25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li?
MAT 6:26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
MAT 6:27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras?
MAT 6:28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad? “Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal;
MAT 6:29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo.
MAT 6:30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!
MAT 6:31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’
MAT 6:32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo.
MAT 6:33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
MAT 6:34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”
MAT 7:1 “Pa jije pou nou menm pa vin jije.
MAT 7:2 Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou.
MAT 7:3 E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an?
MAT 7:4 O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w?
MAT 7:5 Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a.
MAT 7:6 “Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.
MAT 7:7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri.
MAT 7:8 Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri.
MAT 7:9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch?
MAT 7:10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv?
MAT 7:11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.
MAT 7:12 Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
MAT 7:13 “Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm.
MAT 7:14 Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.
MAT 7:15 “Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye.
MAT 7:16 Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb.
MAT 7:17 Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi.
MAT 7:18 Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi.
MAT 7:19 Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè.
MAT 7:20 Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.
MAT 7:21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la.
MAT 7:22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’
MAT 7:23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
MAT 7:24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch.
MAT 7:25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch.
MAT 7:26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab.
MAT 7:27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
MAT 7:28 Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a.
MAT 7:29 Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.
MAT 8:1 Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li.
MAT 8:2 Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.
MAT 8:3 Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp.
MAT 8:4 Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”
MAT 8:5 Lè Jésus te fin antre Capernaüm, yon chèf santenye Women an te vin sipliye Li:
MAT 8:6 “Senyè, sèvitè mwen an kouche paralize lakay mwen. L ap soufri anpil.”
MAT 8:7 Jésus Li te di li: “M ap vin geri li.”
MAT 8:8 Men santenye a te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri.
MAT 8:9 Paske mwen menm tou se yon moun anba otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l.”
MAT 8:10 Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: “Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël.
MAT 8:11 Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la;
MAT 8:12 men fis a wayòm yo lan ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.”
MAT 8:13 Jésus te di a santenye a: “Ou mèt ale. Ke sa fèt pou ou jan ou kwè a.” Konsa, sèvitè li a te geri nan menm lè sa a.
MAT 8:14 Lè Jésus te antre lakay Pierre, Li te wè bèlmè li kouche malad sou kabann li avèk lafyèv.
MAT 8:15 Lè Li fin touche men li, lafyèv la te kite l. Konsa, li te leve pou sèvi Li.
MAT 8:16 Lè fènwa te vin rive, yo te pote bay Li anpil moun ki te gen move lespri. Li te jete move lespri sa yo deyò avèk yon mo, e te geri tout malad yo.
MAT 8:17 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: “Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”
MAT 8:18 Lè Jésus te wè yon foul t ap antoure l, Li te pase lòd pou pati ale lòtbò lanmè a.
MAT 8:19 Yon sèten skrib te parèt. Li te di L: “Mèt, m ap swiv ou nenpòt kote ou ale.”
MAT 8:20 Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”
MAT 8:21 Yon lòt nan disip Li yo te di Li: “Senyè, kite mwen premyèman ale antere papa m.”
MAT 8:22 Men Jésus te di li: “Swiv Mwen. Kite mò yo antere mò parèy yo.”
MAT 8:23 Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li.
MAT 8:24 Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi.
MAT 8:25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”
MAT 8:26 Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.
MAT 8:27 Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”
MAT 8:28 Lè li te rive lòtbò nan peyi Gadarenyen yo, de moun ki te gen move lespri te rankontre li pandan yo t ap soti nan tonm yo. Yo te tèlman vyolan ke pèsòn pa t kapab pase nan chemen sa a.
MAT 8:29 Epi yo te kriye e te di: “Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?”
MAT 8:30 A yon distans, te gen yon bann kochon ki t ap manje.
MAT 8:31 Epi lespri yo te kòmanse sipliye Li konsa: “Si ou ap mete nou deyò, voye nou nan bann kochon sa yo.”
MAT 8:32 Li te di yo: “Ale!” Yo te pati e te ale nan kochon yo. Lapoula, tout bann kochon yo te kouri desann falèz la, tonbe nan lanmè, pou mouri nan dlo a.
MAT 8:33 Gadyen yo te kouri ale antre nan vil la kote yo te fè rapò tout bagay sa yo, ansanm avèk sa ki te rive moun move lespri yo.
MAT 8:34 Konsa, tout vil la te soti pou rankontre Jésus. Lè yo te wè L, yo te sipliye Li pou kite peyi yo a.
MAT 9:1 Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan pwòp vil Li a.
MAT 9:2 Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”
MAT 9:3 Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a ap blasfeme.”
MAT 9:4 Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou?
MAT 9:5 Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’?
MAT 9:6 Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”
MAT 9:7 Epi konsa, Li te leve ale lakay li.
MAT 9:8 Lè foul la te wè sa, yo te etone, e yo te bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.
MAT 9:9 Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!” Epi li te leve e te swiv Li.
MAT 9:10 Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo.
MAT 9:11 Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: “Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?”
MAT 9:12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.
MAT 9:13 Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”
MAT 9:14 Aprè sa, disip a Jean yo te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?”
MAT 9:15 Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn.
MAT 9:16 Men pèsòn pa pyese yon vye rad avèk yon twal nèf dekwa ke twal nèf la pa vin chire lè l ap ratresi pou chire rad la pi mal.
MAT 9:17 Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”
MAT 9:18 Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”
MAT 9:19 Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo.
MAT 9:20 Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche rebò vètman Li;
MAT 9:21 paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab touche rebò vètman Li, m ap geri.”
MAT 9:22 Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.
MAT 9:23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd.
MAT 9:24 Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.” Epi yo te kòmanse ri sou Li.
MAT 9:25 Men lè foul la te soti deyò, Li te antre, pran men li, e fi a te vin leve.
MAT 9:26 Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a.
MAT 9:27 Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras Fis a David la!”
MAT 9:28 Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?” Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.
MAT 9:29 Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt selon lafwa nou.”
MAT 9:30 Epi zye yo te vin louvri. Jésus te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.”
MAT 9:31 Men yo te ale deyò e te gaye nouvèl la toupatou nan peyi a.
MAT 9:32 E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li yon moun bèbè avèk yon move lespri.
MAT 9:33 Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: “Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.”
MAT 9:34 Men Farizyen yo t ap di: “Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”
MAT 9:35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik.
MAT 9:36 Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò.
MAT 9:37 Konsa Li di a disip Li yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke.
MAT 9:38 Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”
MAT 10:1 Jésus te rele douz disip li yo. Li te bay yo pouvwa sou move lespri yo, pou chase yo deyò, e pou geri tout kalite enfimite avèk maladi.
MAT 10:2 Alò, non a douz apot yo te konsa: Premye a, Simon, ke yo rele Pierre, André, frè li, Jacques, fis a Zébédée, Jean, frè li,
MAT 10:3 Philippe ak Barthélèmy; Thomas ak Matthieu ki te kolektè kontribisyon an, Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée;
MAT 10:4 Simon, Zelòt la ak Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.
MAT 10:5 Douz sila yo Jésus te voye lè Li te fin enstwi yo konsa: “Pa antre nan chemen payen yo, ni pa antre nan okenn vil ki pou Samariten yo,
MAT 10:6 Men pito ale vè mouton ki pèdi lakay Israël yo.
MAT 10:7 Pandan n ap prale, preche epi di: ‘Wayòm syèl la prèt pou rive.’
MAT 10:8 Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis.
MAT 10:9 Nou pa pou pran ni lò, ni lajan ni kwiv pou mete nan bous senti nou,
MAT 10:10 Ni yon sak pou vwayaj nou, pa menm de chemiz, ni sapat, ni baton; paske yon ouvriye merite soutyen li.
MAT 10:11 “Nan nenpòt vil oubyen bouk ke nou antre, mande kilès ki gen merit nan li, epi ak li pou nou rete jis lè nou kite vil sa a.
MAT 10:12 Pandan n ap antre nan kay la, bay li salitasyon nou.
MAT 10:13 Epi si kay la gen merit, ke benediksyon lapè nou rete sou li, men si li pa gen merit, ke benediksyon lapè nou retounen sou nou.
MAT 10:14 Nenpòt moun ki pa resevwa nou, ni pa okipe pawòl nou, lè nou kite kay sa a, oubyen vil sa a, souke pye nou pou pousyè li pa rete.
MAT 10:15 Anverite Mwen di nou, l ap pi tolerab pou peyi Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a.”
MAT 10:16 Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.
MAT 10:17 Men veye lèzòm, y ap livre nou devan tribinal yo, e y ap bat nou ak fwèt nan sinagòg yo.
MAT 10:18 Konsa, y ap menm fè nou vini devan ofisye ak wa yo pou non Mwen, kon yon temwayaj de yo menm ak lòt nasyon yo.
MAT 10:19 Men lè yo livre nou nan men yo, pa enkyete pou sa n ap di; paske nou va resevwa nan lè sa, sa nou gen pou nou pale.
MAT 10:20 Paske se pa nou menm k ap pale, men se Lespri Papa nou an k ap pale nan nou.
MAT 10:21 Frè va livre frè l a lanmò, e papa va livre Pitit li. Zanfan yo ap leve kont paran yo e fè mete yo a lanmò.
MAT 10:22 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.
MAT 10:23 Men nenpòt lè ke yo pèsekite nou nan yon vil, sove ale nan yon lòt. Paske anverite Mwen di nou, nou p ap gen tan fin pase nan tout vil Israël yo, pou lè Fis a Lòm nan vini.
MAT 10:24 Yon disip pa pi wo pase enstriktè li, ni yon esklav pase mèt li.
MAT 10:25 Se kont pou yon disip pou li vini menm jan avèk enstriktè li, e yon esklav menm jan ak mèt li. Si yo rele mèt kay la Béelzébul, konbyen anplis pou yo kalomnye manm kay li yo!
MAT 10:26 Pou sa, pa pè yo; paske pa gen anyen ki kouvri ki p ap dekouvri, e kache ki p ap revele.
MAT 10:27 Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la.
MAT 10:28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
MAT 10:29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen.
MAT 10:30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole.
MAT 10:31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
MAT 10:32 Pou sa, tout moun ki konfese M devan lòm, Mwen menm osi, M ap konfese l devan Papa m ki nan syèl la.
MAT 10:33 Men nenpòt moun ki renye m devan lòm, M ap renye l devan papa M ki nan syèl la.
MAT 10:34 Pa sipoze ke Mwen vini pou pote lapè sou latè. Mwen pa t vini pou pote lapè, men nepe.
MAT 10:35 Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li.
MAT 10:36 Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li.
MAT 10:37 Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen.
MAT 10:38 Epi sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen.
MAT 10:39 Sila k ap konsève lavi li, li va pèdi li; men sila ki pèdi vi li pou Mwen, l ap twouve li.
MAT 10:40 Sila ki resevwa nou menm, resevwa M; e si la ki resevwa Mwen, resevwa Sila ki te voye Mwen an.
MAT 10:41 Sila ki resevwa yon pwofèt nan non a yon pwofèt ap resevwa rekonpans a yon pwofèt. Epi li ki resevwa yon nonm ladwati nan non a yon nonm ladwati, va resevwa rekonpans a yon nonm dwat.
MAT 10:42 Nenpòt moun ki nan non a yon disip, bay youn nan pitit sa yo menm yon tas dlo frèt pou bwè; anverite, Mwen di nou li p ap pèdi rekonpans li.
MAT 11:1 Lè Jésus te fin bay enstriksyon a douz disip Li yo, Li te kite kote sa a pou enstwi e preche nan vil pa yo.
MAT 11:2 Alò, lè Jean, depi nan prizon an, te tande tout zèv ke Kris la t ap fè yo. Konsa, li te voye yon mesaj pa disip Li yo.
MAT 11:3 Li te mande L: “Èske Ou se Sila ke nou t ap tann nan, oubyen èske nou bezwen tann yon lòt?”
MAT 11:4 Jésus te reponn yo e te di: “Ale fè rapò a Jean selon tout sa nou tande e wè:
MAT 11:5 Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la.
MAT 11:6 Beni se sila ki pa chite akoz Mwen menm nan.”
MAT 11:7 Pandan mesye sa yo, disip a Jean Baptiste yo t ap prale, Jésus te kòmanse pale avèk foul la konsènan Jean: “Kisa nou te ale wè nan savann nan? Yon wozo ki souke pa van?
MAT 11:8 Men kisa nou te ale wè? Yon nonm abiye ak rad ki swa? Sila ki mete rad swa yo rete nan palè a wa yo.
MAT 11:9 Men kisa nou te sòti pou wè? Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou e se youn ki plis ke yon pwofèt.
MAT 11:10 Se selon sila menm ke pwofèt yo te ekri: Gade byen! Mwen voye mesaje Mwen an devan fas nou, ki va prepare chemen an devan nou.”
MAT 11:11 Anverite Mwen di nou, pami sila ki fèt pa fanm yo, pa janm leve youn ki pi gran ke Jean Baptiste; malgre sa, sila ki pi piti nan wayòm syèl la, pi gran pase li.
MAT 11:12 Depi jou a Jean Baptiste yo jis rive kounye a, wayòm syèl la ap soufri vyolans, e lòm vyolan yo pran li pa lafòs.
MAT 11:13 Paske tout pwofèt yo ansanm ak Lalwa a te pwofetize jiska Jean.
MAT 11:14 Konsa, si nou kapab aksepte l, se li menm ki Elie, sila ki te genyen pou vini an.
MAT 11:15 Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.
MAT 11:16 “Men a kisa Mwen kapab konpare jenerasyon sila a? Li tankou timoun ki chita nan mache a, k ap rele lòt timoun
MAT 11:17 pou di: ‘Nou te jwe flit pou nou, e nou pa t danse. Nou te chante yon antèman, e nou pa t kriye’.
MAT 11:18 Paske Jean te vini san manje ni bwè, e yo di: ‘Li gen yon move lespri’!
MAT 11:19 Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: ‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zanfan li yo.”
MAT 11:20 Li te kòmanse repwoche vil kote pi fò mirak yo te fèt yo, paske yo pa t repanti.
MAT 11:21 Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann.
MAT 11:22 Malgre sa Mwen di nou, l ap pi tolerab pou Tir ak Sidon nan jou jijman an pase pou nou menm.
MAT 11:23 Epi nou menm, Capernaüm; nou p ap monte nan syèl la! Nou konnen sa? Nou ap desann nan Lanfè. Paske si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Sodome; yo ta toujou la jodi a.
MAT 11:24 Malgre sa, Mwen di nou ke li va pi tolerab pou peyi Sodome nan jou jijman an pase pou nou menm.
MAT 11:25 Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo.
MAT 11:26 Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou.
MAT 11:27 Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
MAT 11:28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo.
MAT 11:29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou.
MAT 11:30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
MAT 12:1 Nan lè sa a, Jésus te pase nan chan sereyal yo nan jou Saba a e disip Li yo te vin grangou. Yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal pou manje yo.
MAT 12:2 Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki pa pèmi nan yon jou Saba.”
MAT 12:3 Men Li te di yo: “Èske nou pa li sa ke David te fè lè li te vin grangou; li menm avèk lòt moun ki te avè l yo?
MAT 12:4 Jan li te antre nan kay Bondye a, e te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo?
MAT 12:5 Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan?
MAT 12:6 Men Mwen di nou ke yon choz pi gran pase tanp lan isit la.
MAT 12:7 Men si nou te konnen kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo.
MAT 12:8 Paske Fis a Lòm nan se Senyè Saba a.”
MAT 12:9 Konsa, Li te kite la e te ale nan sinagòg yo.
MAT 12:10 Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: “Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.
MAT 12:11 Li te reponn yo: “Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a?
MAT 12:12 Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a.”
MAT 12:13 Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!” Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la.
MAT 12:14 Men Farizyen yo te soti deyò, pou fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.
MAT 12:15 Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l. Anpil moun te swiv Li, e Li te geri yo tout.
MAT 12:16 Epi Li te pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye.
MAT 12:17 Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di:
MAT 12:18 “Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a; byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an. M ap mete lespri Mwen sou Li, e Li va pwoklame jistis a payen yo.
MAT 12:19 Li p ap diskite, ni kriye; ni pèsòn p ap tande vwa Li nan lari.
MAT 12:20 Yon wozo brize, Li p ap kase, e yon fisèl bouji k ap toufe, Li p ap tenyen, jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a.
MAT 12:21 Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.”
MAT 12:22 Apre sa, yo te pote bay Li yon mesye ki te avèg e bèbè akoz yon move lespri. Li te geri li, e bèbè a te vin pale e li te vin wè.
MAT 12:23 Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab Fis a David?”
MAT 12:24 Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.”
MAT 12:25 Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe.
MAT 12:26 Si se Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe?
MAT 12:27 Epi si Mwen menm pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou.
MAT 12:28 Men si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou.
MAT 12:29 Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.
MAT 12:30 “Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye.
MAT 12:31 Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone.
MAT 12:32 Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan laj sila a ni nan laj k ap vini an.
MAT 12:33 “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay.
MAT 12:34 Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a.
MAT 12:35 Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal.
MAT 12:36 Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven.
MAT 12:37 Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
MAT 12:38 Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: “Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.
MAT 12:39 Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la.
MAT 12:40 Menm jan ke Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase twa jou ak twa nwit nan kè latè.
MAT 12:41 Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la.
MAT 12:42 Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.
MAT 12:43 “Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn.
MAT 12:44 Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd.
MAT 12:45 Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”
MAT 12:46 Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li.
MAT 12:47 Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”
MAT 12:48 Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?”
MAT 12:49 Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo.
MAT 12:50 Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”
MAT 13:1 Nan jou sa a, Jésus te sòti nan kay la e te chita bò kote lanmè a.
MAT 13:2 Yon gran foul te rasanble bò kote L, epi Li te antre chita nan yon kannòt. Foul la te kanpe arebò lanmè a.
MAT 13:3 Li te pale anpil bagay avèk yo an parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn.
MAT 13:4 Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la, e zwazo te vin manje yo.
MAT 13:5 Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè.
MAT 13:6 Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen.
MAT 13:7 Lòt te tonbe pami pikan e pikan yo te leve toufe yo.
MAT 13:8 Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa.
MAT 13:9 Sila ki gen zòrèy la, kite li tande.”
MAT 13:10 Disip Li yo te vin kote L e te mande: “Poukisa ou pale avèk yo an parabòl konsa?”
MAT 13:11 Li te reponn yo: “A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt.
MAT 13:12 Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l.
MAT 13:13 Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann.
MAT 13:14 Se nan yo menm, ke pwofesi Ésaïe a ap akonpli lè l di: ‘Nou va kontinye tande, men nou p ap konprann; nou va kontinye gade, men nap manke apèsi.
MAT 13:15 Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò. Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo; otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo, konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’
MAT 13:16 “Men beni se zye pa nou paske yo wè; e zòrèy nou paske yo tande.
MAT 13:17 Anverite, Mwen di nou ke anpil pwofèt ak moun ladwati te vle wè sa ke nou menm wè a, men yo pa t janm wè; e pou tande sa ke nou tande a, men yo pa t tande l.
MAT 13:18 “Pou sa, tande parabòl moun ki t ap simen an.
MAT 13:19 Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la.
MAT 13:20 Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa;
MAT 13:21 men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite.
MAT 13:22 Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi.
MAT 13:23 Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”
MAT 13:24 Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: “Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li.
MAT 13:25 Men pandan ouvriye li yo t ap dòmi, lènmi li yo te vin simen zèb pikan pami ble a, e ale.
MAT 13:26 Men lè ble a te vin leve e fòme tèt grenn, zèb pikan yo te parèt tou.
MAT 13:27 Epi esklav a mèt tè yo te vin di l: ‘Mèt, èske nou pa t simen bon semans nan chan ou an? Kijan konsa li vin plen avèk zèb pikan sa yo.’
MAT 13:28 “Epi Li te di yo: ‘Yon lènmi te fè sa!’ E esklav yo te di li: ‘Ou pa vle nou ale ranmase yo?’
MAT 13:29 “Men li te di yo: ‘Non, paske pandan nou ap ranmase zèb pikan yo, nou kab derasinen ble a tou.
MAT 13:30 Kite toulède grandi ansanm jouk rekòlt la rive. Nan tan rekòlt la, mwen va di ouvriye yo, premyèman, ranmase zèb pikan yo, mare yo nan pake e brile yo. Men ranmase ble a pou mete li nan depo mwen.’”
MAT 13:31 Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: “Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li.
MAT 13:32 Malgre grenn sa a pi piti pase tout lòt grenn yo, lè li vin grandi, li pi gran pase tout lòt plant nan jaden an, e te vin fè yon pyebwa kote tout zwazo ki vole anlè vin fè nich nan branch li yo.”
MAT 13:33 Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”
MAT 13:34 Tout bagay sa yo, Jésus te pale a foul la an parabòl, epi Li pa t pale avèk yo san parabòl.
MAT 13:35 Se te pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt yo lè yo te di: “Mwen va ouvri bouch Mwen an parabòl; Mwen va eksprime sekrè ki kache depi fondasyon mond sa a.”
MAT 13:36 Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: “Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”
MAT 13:37 Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se Fis a Lòm nan.
MAT 13:38 Chan an se lemonn, e bon semans lan, se sila yo ki fis a wayòm nan. Zèb pikan yo se sila yo ki fis a mechan an.
MAT 13:39 Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo.
MAT 13:40 Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan fen tan yo.
MAT 13:41 Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste.
MAT 13:42 L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo.
MAT 13:43 Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.
MAT 13:44 “Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.
MAT 13:45 “Ankò, wayòm syèl la tankou yon machann k ap chèche bèl pèl.
MAT 13:46 Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.
MAT 13:47 “Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason.
MAT 13:48 Lè l fin ranpli, yo rale li atè. Yo te chita pou mete bon pwason nan yon veso, e te jete move yo.
MAT 13:49 Konsa sa ap ye nan fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo.
MAT 13:50 Epi y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.
MAT 13:51 “Èske nou konprann tout bagay sa yo?” Yo reponn Li: “Wi”.
MAT 13:52 Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.”
MAT 13:53 Lè Jésus te fini avèk parabòl sa yo, li kite la.
MAT 13:54 Li rive nan vil pa Li a, e Li te kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo?
MAT 13:55 Se pa pitit a chapant lan? Èske yo pa rele manman L Marie, e frè li yo Jacques, Joseph, Simon ak Judas?
MAT 13:56 Epi sè Li yo; èske yo tout pa avèk nou? Ebyen, kote nonm sa a twouve tout bagay sa yo?”
MAT 13:57 Konsa, yo te pran ofans de Li. Men Jésus te di yo: “Yon pwofèt p ap janm manke respè sof ke nan pwòp vil li, ak nan pwòp kay li.”
MAT 13:58 Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.
MAT 14:1 Nan lè sa a, Hérode, tetrak la, te tande nouvèl a Jésus.
MAT 14:2 Konsa, Li te di a sèvitè pa li yo: “Se Jean Baptiste sa a ye. Li gen tan leve soti vivan nan lanmò. Se pou sa li kapab fè tout mirak sa yo.”
MAT 14:3 Paske lè Hérode te fè yo arete Jean, li te mare li e mete li nan prizon akoz Hérodias, madanm a frè li, Philippe.
MAT 14:4 Paske Jean t ap di li ke li pa pèmèt pou l ta genyen l kon madanm.
MAT 14:5 Epi malgre ke Hérode te vle touye li, li te pè pèp la paske yo te konsidere li kon yon pwofèt.
MAT 14:6 Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias la te vin danse devan yo, e Hérode te trè kontan.
MAT 14:7 Konsa, li menm te sèmante pou bay li nenpòt sa ke li te mande li.
MAT 14:8 Akoz ke fi a te ankouraje pa manman l, li te di: “Ban m isit la menm sou yon plato, tèt a Jean Baptiste.”
MAT 14:9 Malgre sa te fè l tris, wa a te kòmande sa fèt akoz sèman an, e akoz tout vizitè ki te la avèk yo.
MAT 14:10 Li te voye fè yo koupe tèt a Jean nan prizon an.
MAT 14:11 Yo te pote tèt li sou yon plato e te bay fi a. Konsa, fi a te pote l bay manman l.
MAT 14:12 Disip li yo te vin pran kò a e te antere l. Apre, yo te ale bay rapò a Jésus.
MAT 14:13 Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.
MAT 14:14 Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.
MAT 14:15 Lè li te vin fènwa, disip yo te vin di Li: “Plas sa a dezète, e lè a gen tan depase. Konsa, voye foul la ale pou yo kapab rive nan bouk yo pou achte kèk manje.”
MAT 14:16 Men Jésus te di yo: “Yo pa bezwen ale. Nou menm, bay yo manje!”
MAT 14:17 Yo te di Li: “Nou gen sèlman senk pen ak de grenn pwason.”
MAT 14:18 Li te di: “Pote yo ban Mwen!”
MAT 14:19 Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la.
MAT 14:20 Tout te manje e tout te byen satisfè. Yo te ranmase sa ki te rete nan mòso kase yo, e yo te rete douz panyen byen plen.
MAT 14:21 Te gen anviwon senk-mil gason ki te manje san konte fanm avèk timoun.
MAT 14:22 Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale.
MAT 14:23 Apre li te voye foul la ale, Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li.
MAT 14:24 Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen move.
MAT 14:25 Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a.
MAT 14:26 Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz.
MAT 14:27 Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
MAT 14:28 Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”
MAT 14:29 Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus.
MAT 14:30 Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”
MAT 14:31 Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: “Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?”
MAT 14:32 Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann.
MAT 14:33 Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: “Anverite, Ou se Fis Bondye a!”
MAT 14:34 Lè yo te fin travèse, yo te rive atè nan Génésareth.
MAT 14:35 Lè moun nan plas sa yo te rekonèt Li, yo te voye nouvèl nan tout ozanviwon an, e yo te pote bay Li tout sila ki te malad yo.
MAT 14:36 Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te touche L yo te geri nèt.
MAT 15:1 Apre sa, kèk Farizyen ak Skrib ki te sòti Jérusalem te vin kote Jésus pou mande L:
MAT 15:2 “Poukisa disip ou yo vyole tradisyon a lansyen nou yo? Paske yo pa lave men yo lè yo manje pen.”
MAT 15:3 Li te reponn yo: “E poukisa nou menm vyole kòmandman Bondye a pou koz a tradisyon nou yo?
MAT 15:4 Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’”
MAT 15:5 Men nou di: “Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye,
MAT 15:6 li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an.
MAT 15:7 Nou menm ipokrit; anverite, Ésaïe te bay pwofesi sou nou lè l te di:
MAT 15:8 Pèp sa a onore M avèk lèv yo, men kè yo byen lwen Mwen.
MAT 15:9 An ven yo adore M; lè yo enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.
MAT 15:10 Apre sa, Li te rele foul akote Li a, e Li te di yo: “Tande e konprann;
MAT 15:11 Se pa sa ki antre nan bouch la ki kontamine yon nonm, men se sa ki sòti nan bouch la ki kontamine l.”
MAT 15:12 Alò, disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Èske Ou konnen ke Farizyen yo te blese lè yo te tande pawòl sa a?”
MAT 15:13 Men Li te reponn yo e di: “Chak plant ke Papa M pa plante, ap vin rache.
MAT 15:14 Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”
MAT 15:15 Pierre te reponn, e te di L: “Eksplike nou parabòl sa a.”
MAT 15:16 Li te di: “Èske nou menm, nou toujou manke konprann nan?
MAT 15:17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine?
MAT 15:18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
MAT 15:19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.
MAT 15:20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”
MAT 15:21 Konsa, Jésus te kite la, e retire kò l pou landwa Tyr ak Sidon.
MAT 15:22 Epi gade, yon fanm Canaan nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon move lespri.”
MAT 15:23 Men Li pa t reponn li yon mo. Disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Fè l ale; l ap rele dèyè nou tout kote nou ale”.
MAT 15:24 Men Li te reponn e te di: “Mwen te voye sèlman pou mouton pèdi nan lakay Israël la.”
MAT 15:25 Men fanm nan te vin bese devan Li, e te di: “Senyè, ede m!”
MAT 15:26 Men Li te reponn: “Li pa bon pou pran manje ki pou timoun yo pou jete l bay chen.”
MAT 15:27 Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”
MAT 15:28 Jésus te reponn li: “Men fanm, lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula.
MAT 15:29 Lè Li kite la, Jésus te ale bò kote Lanmè Galilée a. Li te monte yon mòn e Li te chita la.
MAT 15:30 Gran foul la te vin kote Li. Yo t ap mennen avèk yo sila ki te bwete, kokobe, avèg, bèbè ak anpil lòt. Yo te depoze yo bò kote pye Li e Li te geri yo.
MAT 15:31 Konsa, foul la te vin etone lè yo te wè bèbè pale, kokobe restore, bwete mache, avèk avèg yo ki te wè e yo te bay glwa a Bondye Israël la.
MAT 15:32 Jésus te rele disip Li yo pou vin kote L. Li te di: “Mwen santi konpasyon pou foul la, paske yo la avè M koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, paske yo kab fennen sou wout la.”
MAT 15:33 Disip Li yo te mande L: “Kibò nou ta twouve kantite pen sa a nan yon andwa izole konsa pou bay yon gran foul konsa?”
MAT 15:34 Jésus te mande yo: “Konbyen pen nou genyen”? Yo te di: “Sèt, avèk kèk ti pwason.”
MAT 15:35 Li te kòmande foul la chita atè.
MAT 15:36 Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la.
MAT 15:37 Konsa, tout moun te manje e te satisfè. Lè yo te ranmase mòso kase ki te rete yo, te rete sèt gran panyen byen plen.
MAT 15:38 Sila ki te manje yo te kat mil gason plis fanm avèk timoun.
MAT 15:39 Apre Li voye foul la ale, Li te monte nan yon kannòt e te ale nan rejyon Magadan an.
MAT 16:1 Farizyen ak Sadiseyen yo te vin kote Jésus pou sonde L. Yo te mande Li pou bay yo yon sign ki sòti nan syèl la.
MAT 16:2 Men Li te reponn yo: “Lè se nan aswè, nou di ‘l ap fè bon tan, paske syèl la wouj’.
MAT 16:3 Epi nan maten, ‘pral gen yon tanpèt jodi a, paske syèl la wouj e menasan.’ Ipokrit! Nou konn kalkile aparans syèl la, men nou pa konn disène sign nan tan sila yo?
MAT 16:4 Yon jenerasyon mechan e adiltè ap chache yon sign, men yo p ap resevwa l, eksepte sign ki pou Jonas la.” Konsa, Li te sòti kite yo.
MAT 16:5 Lè disip yo te ale lòtbò lanmè a, yo te bliye pote pen.
MAT 16:6 Jésus te di yo: “Veye e fè atansyon pou ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
MAT 16:7 Yo te kòmanse diskite pami yo menm. Yo te di: “Se paske nou pa pote pen an.”
MAT 16:8 Men Jésus, okouran de sa, te di yo: “O moun ak ti lafwa piti yo, poukisa nou diskite pami nou ke nou pa gen pen?
MAT 16:9 Èske nou poko konprann ni sonje jiska prezan senk pen ki te pou senk mil mesye yo, e konbyen panyen nou te ranmase?
MAT 16:10 Ni sèt pen ki te pou kat mil moun yo, e konbyen gran panyen nou te ranmase?
MAT 16:11 Kijan ke nou pa konprann ke Mwen pa t pale avèk nou pou afè pen? Men fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
MAT 16:12 Konsa, yo te vin konprann ke Li pa t pale de ledven nan pen, men enstriksyon a Farizyen ak Sadiseyen yo.
MAT 16:13 Alò, lè Jésus te vini nan landwa Césarée de Philippe, Li te kòmanse mande disip Li yo: “Ki moun yo di ke Fis a Lòm nan ye?”
MAT 16:14 Yo te di: “Kèk moun di ke se Jean Baptiste, lòt Elie, e lòt, Jérémie oswa youn nan pwofèt yo.”
MAT 16:15 Li te di yo: “Men nou menm, ki moun nou di Mwen ye?”
MAT 16:16 Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”
MAT 16:17 Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la.
MAT 16:18 Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li.
MAT 16:19 M ap bay ou kle wayòm syèl la; nenpòt sa ou mare sou latè, ap mare nan syèl la; e nenpòt sa ou demare sou latè, ap demare nan syèl la.”
MAT 16:20 Apre sa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn ke se Kris la ke Li te ye.
MAT 16:21 Depi lè sa a, Jésus te kòmanse montre disip Li yo ke Li te oblije ale Jérusalem pou soufri anpil bagay nan men lansyen yo, wo prèt yo ak skrib yo; pou yo ta menm touye L, e pou L ta leve nan twazyèm jou a.
MAT 16:22 Konsa, Pierre te mennen L akote. Li te di L: “Ke Bondye anpeche sa, Senyè! Sa p ap janm rive Ou.”
MAT 16:23 Men Li te vire bò kote Pierre: “Mete ou dèyè M Satan! Ou menm, ou se yon wòch chite pou Mwen. Ou pa mete tèt ou nan enterè Bondye, men nan enterè a lòm.”
MAT 16:24 Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.
MAT 16:25 Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, ap pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li pou koz Mwen menm, ap twouve li.
MAT 16:26 Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?
MAT 16:27 “Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.
MAT 16:28 “Anverite, Mwen di nou, gen nan nou ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jiskaske yo wè Fis a Lòm nan k ap vini nan wayòm Li an.”
MAT 17:1 Sis jou pita, Jésus te pran Pierre, Jacques ak frè li, Jean pou kont yo, e te mennen yo sou yon mòn byen wo.
MAT 17:2 Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè.
MAT 17:3 Epi konsa, gade, yo te wè Moïse ak Elie ki t ap pale avèk Li.
MAT 17:4 Pierre te di a Jésus: “Senyè, se bon pou nou isit la. Si Ou vle, m ap fè twa tabènak isit la; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.”
MAT 17:5 Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”
MAT 17:6 Lè disip Li yo te tande sa, yo te tonbe sou figi yo byen sezi avèk laperèz.
MAT 17:7 Jésus te vin kote yo. Li te touche yo, e te di: “Leve, e pa pè.”
MAT 17:8 Lè yo leve zye yo, yo pa t wè pèsòn sof ke Jésus ki te la pou kont Li.
MAT 17:9 Pandan yo t ap desann mòn nan, Jésus te kòmande yo: “Pa pale pèsòn afè vizyon sila a jiskaske Fis a Lòm nan fin leve soti nan lanmò.”
MAT 17:10 Epi disip Li yo te mande L: “E poukisa Skrib yo toujou di ke Elie oblije vini avan?”
MAT 17:11 Li te reponn yo: “Elie ap vini e l ap restore tout bagay.
MAT 17:12 Men Mwen di nou ke Elie te vini deja, e yo pa t rekonèt li, men yo te fè avè l sa ke yo te pito. Menm jan an, Fis a Lòm nan ap soufri nan men yo.”
MAT 17:13 Konsa, disip yo te vin konprann ke Li t ap pale de Jean Baptiste.
MAT 17:14 Lè yo rive bò kote foul la, yon mesye te vin tonbe sou jenou devan Li. Li te di L:
MAT 17:15 “Senyè, gen pitye pou fis mwen an. Li se yon epileptik; li byen malad. Souvan li tonbe nan dife a, e pafwa menm nan dlo.
MAT 17:16 Mwen te pote li bay disip Ou yo, men yo pa t kapab geri li.”
MAT 17:17 Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!”
MAT 17:18 Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.
MAT 17:19 Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”
MAT 17:20 Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou.
MAT 17:21 Men kalite sila a pa sòti sof ke pa lapriyè, avèk jèn.”
MAT 17:22 Pandan yo t ap rasanble Galilée, Jésus te di yo: “Fis a Lòm nan prèt pou livre nan men a lèzòm.
MAT 17:23 Yo va touye Li, e Li va leve nan twazyèm jou a.” Yo te byen tris.
MAT 17:24 Lè yo te ale Capernaüm, sila ki te fè koleksyon taks drachma yo te vin Kote Pierre, Li te mande l: “Èske mèt ou a pa peye taks drachma?”
MAT 17:25 Li te reponn: “Wi”. Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”
MAT 17:26 Lè li reponn: “Moun yo pa rekonèt”, Jésus te di l: “Konsa, fis yo egzante.
MAT 17:27 Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”
MAT 18:1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”
MAT 18:2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo.
MAT 18:3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la.
MAT 18:4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.
MAT 18:5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen.
MAT 18:6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.
MAT 18:7 “Malè a mond sa a akoz wòch chite li yo! Wòch chite sa yo pa kapab pa vini, men malè a moun sila a ki fè yo parèt.
MAT 18:8 “Si men nou oubyen pye nou fè nou tonbe, koupe l e jete l lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi tankou yon kokobe oubyen bwate, pase ak toude men ak pye nou pou nou ta jete nan lanfè etènèl la.
MAT 18:9 “Epi si zye nou fè nou tonbe, rache li jete li byen lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi avèk yon sèl grenn zye olye avèk toude pou nou ta jete nan lanfè dife a.
MAT 18:10 “Veye pou nou pa meprize youn nan timoun sa yo, paske Mwen di nou ke zanj yo nan syèl la toujou wè figi a Papa M ki nan syèl la.
MAT 18:11 Paske Fis a Lòm nan te vini pou sove sila ki te pèdi yo.
MAT 18:12 “Kisa nou panse? Si yon moun gen san mouton e youn vin pèdi, èske li p ap kite katre-ven-diz-nèf yo sou mòn nan pou ale chèche sila ki pèdi a?
MAT 18:13 Epi si li twouve li, Mwen di nou, l ap rejwi plis sou sila a pase lòt katre-ven-diz-nèf ki pa t janm pèdi yo.
MAT 18:14 “Konsa se pa volonte Papa nou nan syèl la pou youn nan Pitit sila yo ta pèdi.
MAT 18:15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a.
MAT 18:16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’
MAT 18:17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.
MAT 18:18 “Anverite Mwen di nou: “Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.
MAT 18:19 “Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la.
MAT 18:20 Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”
MAT 18:21 Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”
MAT 18:22 Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.
MAT 18:23 “Pou rezon sa a, wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle regle kont lajan yo avèk esklav li yo.
MAT 18:24 Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.)
MAT 18:25 Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesye a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.
MAT 18:26 “Konsa, esklav la vin tonbe atè pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’
MAT 18:27 Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e te padone dèt la.
MAT 18:28 “Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.
MAT 18:29 “Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’
MAT 18:30 Men li pa t vle fè sa. Li te voye jete l nan prizon jis lè li ta kapab repeye tout sa li te dwe a.
MAT 18:31 “Lè lòt esklav yo te wè sa ki te rive a, yo te byen twouble. Yo te vin bay yon rapò a mèt pa yo a sou tout sa ki te rive yo.
MAT 18:32 “Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m.
MAT 18:33 Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a?
MAT 18:34 Epi mèt li a, byen fache, te livre bay moun nan pou l tòtire jis lè li ta repeye tout sa li te dwe l la.
MAT 18:35 “Konsa Papa M nan syèl la va fè a nou menm osi si nou pa padone frè nou yo jis nan kè nou.”
MAT 19:1 Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an.
MAT 19:2 Gran foul yo te swiv Li, e Li te geri yo la.
MAT 19:3 Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: “Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”
MAT 19:4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl,
MAT 19:5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè?
MAT 19:6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”
MAT 19:7 Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”
MAT 19:8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye.
MAT 19:9 Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”
MAT 19:10 Disip Li yo te di L: “Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye.”
MAT 19:11 Men Li te di yo: “Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay.
MAT 19:12 Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.”
MAT 19:13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.
MAT 19:14 Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”.
MAT 19:15 Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la.
MAT 19:16 Konsa, yon moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?”
MAT 19:17 Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”
MAT 19:18 Li te mande Li: “Kilès nan yo?” Jésus te reponn li: “Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj.
MAT 19:19 Onore papa ou avèk manman ou, epi renmen pwochen ou tankou tèt ou.”
MAT 19:20 Jennonm nan te di L: “Tout bagay sa yo, mwen fè yo. Kisa mwen manke?”
MAT 19:21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”
MAT 19:22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.
MAT 19:23 Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la.
MAT 19:24 Ankò, Mwen di nou: Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”
MAT 19:25 Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?”
MAT 19:26 Jésus te byen gade yo, e te di: “Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”
MAT 19:27 Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: “Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?”
MAT 19:28 Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.
MAT 19:29 “Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl.
MAT 19:30 Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye.”
MAT 20:1 “Paske wayòm syèl la tankou yon mèt tè ki ale deyò granmmaten pou anplwaye ouvriye pou chan rezen li.
MAT 20:2 Lè li te fin antann li avèk ouvriye yo pou yon denye (frè kòb jounalye) pou jou a, li voye yo nan chan an.
MAT 20:3 “Vè twazyèm lè, li te soti pou wè lòt moun san anyen pou fè, ki te kanpe nan mache a.
MAT 20:4 Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an, epi nenpòt bagay ki jis, m ap bannou.’ Konsa, yo ale.
MAT 20:5 “Ankò li ale deyò vè sizyèm lè, nevyèm lè, e te fè menm bagay la.
MAT 20:6 “Vè onzyèm lè, li te ale deyò e te twouve lòt moun ki tap kanpe. Li te di yo: ‘Poukisa nou kanpe la tout lajounen san fè anyen?’
MAT 20:7 “Yo te reponn li: ‘Paske pèsòn pa anplwaye nou.’ “Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an.’
MAT 20:8 “Lè aswè rive, mèt chan rezen an te di fòmann nan: ‘Rele ouvriye yo pou peye yo salè yo. Kòmanse avèk dènye ekip la, pou ale nan premye a.’
MAT 20:9 “Lè ouvriye ki te antre vè onzyèm lè yo te vini, yo chak te resevwa yon denye.
MAT 20:10 Konsa, lè sa ki te anplwaye anpremye yo te vini, yo te sipoze yo t ap resevwa plis, men yo chak te resevwa yon denye.
MAT 20:11 Alò, lè yo te resevwa l, yo te plenyen kont mèt tè a.
MAT 20:12 Yo te di: ‘Moun sa yo te travay sèlman pou yon èdtan, men ou fè yo menm jan avèk nou ki pote tout fado a, avèk chalè ki t ap brile nou tout jounen an.’
MAT 20:13 “Men li te reponn a youn nan yo: ‘Zanmi m, mwen pa fè ou okenn tò. Èske ou pa t vin dakò pou yon denye?
MAT 20:14 Pran sa ki pou ou a, epi al fè wout ou. Se volonte m pou bay moun sa menm fòs avèk ou.
MAT 20:15 Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’
MAT 20:16 “Konsa dènye a ap vin premye, e premye a ap vin dènye.”
MAT 20:17 Lè Jésus te apèn parèt pou monte a Jérusalem, Li te pran douz disip yo akote pou kont yo. Pandan yo nan wout la, Li te di yo:
MAT 20:18 “Gade, n ap monte Jérusalem, epi Fis a Lòm nan ap livre a chèf prèt yo ak Skrib yo, e y ap kondane Li a lanmò.
MAT 20:19 Konsa, y ap livre Li a payen yo pou yo ka moke L e bay Li kout fwèt, e y ap krisifye Li. Epi nan twazyèm jou a, L ap leve.”
MAT 20:20 Manman a fis Zébédée yo te vin kote L avèk fis li yo. Li te bese devan L pou mande L yon favè.
MAT 20:21 Li te di L: “Kisa ou vle?” Li te di L: “Pase lòd pou nan Wayòm ou an, de fis mwen yo kapab chita youn sou bò dwat Ou ak youn sou bò goch Ou.”
MAT 20:22 Men Jésus te reponn: “Nou pa konnen kisa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke Mwen prè pou M bwè a?” Yo te di Li: “Nou kapab”.
MAT 20:23 Li te di yo: “Tas Mwen an nou ap bwè, men pou chita adwat Mwen, oubyen agoch Mwen, se pa Mwen ki pou bay li, men se pou sila papa M te prepare li yo.”
MAT 20:24 Konsa, lè dis yo te tande sa, yo te vin trè fache avèk de frè yo.
MAT 20:25 Men Jésus te rele yo a Li menm e te di yo: “Ou konnen ke chèf payen yo pran pozisyon yo kon gwo chèf sou yo, epi moun enpòtan pa yo egzèse gwo otorite sou yo.
MAT 20:26 “Li pa konsa pami nou, men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou.
MAT 20:27 Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou.
MAT 20:28 Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”
MAT 20:29 Pandan yo t ap kite Jéricho, yon gran foul te swiv Li.
MAT 20:30 Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la!”
MAT 20:31 Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la”.
MAT 20:32 Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”
MAT 20:33 Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.
MAT 20:34 Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.
MAT 21:1 Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo,
MAT 21:2 epi te di yo: “Ale nan vilaj anfas nou an, epi nou va twouve yon bourik ki mare la avèk pitit li. Demare yo, e mennen yo ban Mwen.
MAT 21:3 Epi si yon moun di nou yon bagay, nou va di li konsa: ‘Senyè a gen bezwen yo’, epi lapoula, l ap voye yo.”
MAT 21:4 Tout sa te fèt pou sa ki te pale pa pwofèt la ta kapab akonpli, lè li te di:
MAT 21:5 “Pale a fi Sion an, Men gade, Wa ou ap vin kote ou, dou, e monte sou yon bourik, yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.
MAT 21:6 Epi disip yo te ale fè tout sa Li te mande yo.
MAT 21:7 Konsa yo te mennen bourik la avèk Pitit li a e te mete vètman yo, epi konsa, sou vètman yo Li te chita.
MAT 21:8 Pifò nan foul la te plase vètman yo louvri sou wout la, e kèk lòt t ap koupe branch nan bwa yo pou plase sou wout la.
MAT 21:9 Foul la ki te ale devan Li, ni sa ki te swiv Li t ap rele: “Ozana (Glwa a Bondye) a Fis a David la! Beni se Sila ki vini nan non Senyè a! Ozana nan pi wo a!”
MAT 21:10 Lè Li te antre Jérusalem, tout vil la te byen boulvèse e t ap di: “Ki moun sa ye?”
MAT 21:11 Epi foul la t ap di: “Sa se pwofèt Jésus ki sòti Nazareth nan Galilée a”.
MAT 21:12 Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo.
MAT 21:13 Li te di yo: “Li ekri: ‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon twou kachèt pou vòlè!”
MAT 21:14 Avèg yo avèk bwate yo te vin kote L nan tanp lan, e Li te geri yo.
MAT 21:15 Men lè chèf prèt yo avèk skrib yo te wè tout mèvèy ke Li te fè yo, epi timoun nan tanp yo ki t ap kriye: “Ozana a Fis a David la!”, yo te ankòlè anpil.
MAT 21:16 Epi yo te di Li: “Ou pa tande kisa timoun sa yo ap di?” Jésus te reponn yo: “Wi, nou pa janm konn li ‘Nan bouch a timoun avèk ti bebe k ap tete yo, nou prepare lwanj pou Ou menm’”?
MAT 21:17 Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil Béthanie pou pase nwit lan.
MAT 21:18 Alò nan maten, Li te retounen nan vil la. Li te vin grangou.
MAT 21:19 Li te wè yon sèl pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt.
MAT 21:20 Lè yo wè sa, disip yo te etone. Yo te di: “Kijan fig frans sa a fè vin fennen nan yon moman konsa?”
MAT 21:21 Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt.
MAT 21:22 Epi tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”
MAT 21:23 Lè Li te fin antre nan tanp lan, chèf prèt yo avèk lansyen pami pèp la te vin kote L pandan Li t ap enstwi pou mande L: “Pa ki otorite Ou fè bagay sa yo? Se kilès ki te bay ou otorite sila a?”
MAT 21:24 Jésus te reponn yo: “M ap mande nou yon bagay tou, e si nou reponn Mwen, M ap fè nou konnen pa ki otorite Mwen fè bagay sila yo.
MAT 21:25 Batèm a Jean an, kibò li sòti? Èske sous li se syèl la, oubyen lòm?” Konsa, yo te kòmanse rezone pami yo menm. Yo te di: “Si nou di ‘syèl la’, L ap di nou ‘ebyen poukisa nou pa t kwè l?’
MAT 21:26 Men si nou di ‘lòm’, nou pè foul la, paske yo tout kwè ke Jean te yon pwofèt.”
MAT 21:27 Yo te reponn Jésus. Yo te di: “Nou pa konnen”. Li te reponn yo: “Ni Mwen menm p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo.”
MAT 21:28 “Men kisa nou panse? Yon nonm te gen de fis. Li te vini a premye a, e te di l: ‘Fis mwen, ale travay pou mwen jodi a nan chan rezen an.’”
MAT 21:29 “Li te reponn: ‘M p ap prale’. Men, apre li te regrèt sa, e li te ale.
MAT 21:30 “Nonm nan te rive kote dezyèm nan, e te di menm bagay la. Men li menm te reponn, e te di: Avozòd! Men li pa t ale.
MAT 21:31 Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?” Yo te reponn: “Premye a”. Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm.
MAT 21:32 Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li.. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.
MAT 21:33 “Koute yon lòt parabòl. Te gen yon mèt tè ki te plante yon chan rezen. Li te antoure li avèk yon miray. Li te fouye yon rezèvwa pou kraze rezen yo, e te bati yon tou ki wo. Li te antann demwatye ak kiltivatè yo, e te ale fè yon vwayaj.
MAT 21:34 “Lè lè rekòlt la te rive, li te voye esklav li yo jwenn kiltivatè yo pou resevwa pwodwi pa li a.
MAT 21:35 Konsa, kiltivatè yo te pran esklav li yo, te bat youn, te touye yon lòt, e yo te kalonnen twazyèm lan avèk kout wòch.
MAT 21:36 “Ankò lite voye yon lòt ekip esklav pi gran pase premye yo, e yo fè yo menm bagay la.
MAT 21:37 “Men anfen, li te voye fis li a. Li te di: ‘Y ap respekte fis mwen an.’
MAT 21:38 Men lè kiltivatè yo te wè fis la, yo te di pami yo, ‘Sa se eritye a. Vini, annou touye li epi sezi eritaj li a.’
MAT 21:39 Konsa, yo te pran li, voye li deyò chan an e yo te touye li.”
MAT 21:40 “Akoz sa, lè mèt tèren an vini, kisa l ap fè avèk kiltivatè sa yo?”
MAT 21:41 Yo te di Li: “L ap mennen malveyan sa yo a yon move fen, epi li va lwe chan sa a bay lòt kiltivatè k ap peye li sa yo dwe yo nan pwòp lè yo.”
MAT 21:42 Jésus te di yo: “Èske nou pa janm li nan Ekriti Sen yo, ‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a, te devni wòch ang prensipal la. Sa te sòti nan Senyè a, e se te yon mèvèy nan zye nou.’?”
MAT 21:43 “Akoz sa Mwen di nou: Wayòm syèl la ap vin pran nan men nou pou plase bay yon nasyon k ap pwodwi fwi li.
MAT 21:44 Epi sila ki tonbe sou wòch sila ap kraze an mòso, men sou sila ke li tonbe a, l ap gaye li tankou poud.”
MAT 21:45 Lè chèf prèt ak Farizyen yo te tande parabòl Li yo, yo te konprann ke Li t ap pale de yo menm.
MAT 21:46 Lè yo te chèche mwayen sezi Li, yo te krent foul la paske yo te konsidere Li kon yon pwofèt.
MAT 22:1 Ankò Jésus te reponn yo e pale ak yo an parabòl. Li te di:
MAT 22:2 “Wayòm syèl la tankou yon wa ki fè yon fèt maryaj pou fis li.
MAT 22:3 Li te voye esklav li yo deyò pou rele sila yo ki te envite nan fèt maryaj la, men yo pa t dakò vini.
MAT 22:4 “Ankò li voye lòt esklav pou di: “Gade, mwen prepare anpil manje. Bèf avèk anpil lòt bèt gra gen tan fin kòche. Tout bagay prè. Vini nan fèt maryaj la.
MAT 22:5 “Men yo pa t okipe li. Yo fè wout yo. Youn ale nan chan li, yon lòt pou okipe afè l.
MAT 22:6 Konsa, rès yo te sezi esklav li yo, e te maltrete e touye yo.
MAT 22:7 Lè wa a tande sa a, li te anraje. Li te voye lame li pou te detwi tout asasen sa yo, e te mete dife nan vil pa yo.
MAT 22:8 “Apre, li te di a esklav li yo: ‘Maryaj la prepare, men sila ki te envite yo pa dign.
MAT 22:9 Pou sa, ale nan gran wout yo, epi tout sila nou twouve la yo, envite yo nan fèt maryaj la.’
MAT 22:10 “Konsa, esklav sila yo te ale deyò nan lari yo pou te ranmase tout sa yo te twouve, ni mechan, ni bon, epi chan maryaj la te ranpli avèk moun envite yo.
MAT 22:11 “Men lè wa a te vini pou wè sila ki te vini yo, li twouve yon nonm ki pa abiye avèk vètman maryaj la.
MAT 22:12 Li te di li: ‘Zanmi m, kijan ou fè antre isit la san vètman maryaj la?’ Moun nan pa t kab menm pale.
MAT 22:13 “Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan.
MAT 22:14 Paske gen anpil moun k ap resevwa apèl la, men pa anpil moun kap chwazi.”
MAT 22:15 Konsa, Farizyen yo te ale pran konsèy ansanm pou twouve kijan yo ta kab kenbe L nan pèlen pawòl ke Li te pale yo.
MAT 22:16 Yo te voye disip pa yo ansanm avèk Ewodyen yo. Yo te di: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite, e enstwi chemen Bondye a ak verite, san patipri, paske Ou pa pran pati a pèsòn.
MAT 22:17 Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye taks a César? Wi oubyen non?”
MAT 22:18 Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye!
MAT 22:19 Montre M kòb ke nou sèvi pou peye taks la.” Yo te pote bay Li yon denye.
MAT 22:20 Li te mande yo: “Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?”
MAT 22:21 Yo reponn Li: “Se pou César”. Li te di yo: “Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”
MAT 22:22 Lè yo tande sa, yo te etone e yo te kite Li ale.
MAT 22:23 Nan menm jou sa a, kèk nan Sadiseyen yo (ki di pa gen rezirèksyon) te vin kote L pou poze L kesyon.
MAT 22:24 Yo te di: “Mèt, Moïse te di: ‘Si yon nonm mouri, li pa gen pitit, frè li, nan fanmi ki pi prè a va marye avèk madanm li, pou l elve yon Pitit pou frè li.’
MAT 22:25 Konsa, te gen sèt frè avèk nou. Premye a te marye. Li mouri san fè Pitit e li te kite madanm li pou frè l la.
MAT 22:26 Konsa tou, dezyèm lan, twazyèm nan, jouk rive nan setyèm frè a.
MAT 22:27 An dènye lye, fanm nan te mouri.
MAT 22:28 Konsa nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske yo tout te genyen l.”
MAT 22:29 Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a.
MAT 22:30 Paske nan rezirèksyon an, yo pa marye, ni bay moun nan maryaj, men se kon zanj nan syèl yo.
MAT 22:31 Men konsènan rezirèksyon mò yo, nou pa t li sa ki te pale a nou pa Bondye lè Li di nou:
MAT 22:32 ‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.”
MAT 22:33 Lè foul la te tande sa, yo te etone de jan Li te enstwi a.
MAT 22:34 Men lè Farizyen yo te tande ke Li gen tan fè Sadiseyen yo sispann pale, yo te reyini ansanm.
MAT 22:35 Youn nan yo, yon avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv.
MAT 22:36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?”
MAT 22:37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.
MAT 22:38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an.
MAT 22:39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.
MAT 22:40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”
MAT 22:41 Alò, pandan Farizyen yo te ansanm, Jésus te poze yo yon kesyon.
MAT 22:42 Li te mande yo: “Kisa nou panse de Kris la? Se Fis a kilès Li ye?” Yo te reponn Li: “Fis a David la”.
MAT 22:43 Li te di yo: “Ebyen, ki jan konsa ke nan Lespri a, David te rele Li ‘Senyè’ lè li te di:
MAT 22:44 “SENYÈ a di a Senyè mwen an, ‘Chita sou men dwat Mwen, jouk lè Mwen mete lènmi ou yo anba pye ou’?
MAT 22:45 “Si David li menm rele Li ‘Senyè’, kijan Li fè kapab Pitit Li?”
MAT 22:46 Pèsòn pa t kapab reponn Li yon mo, ni yo pa t tante mande Li anyen depi jou sa a.
MAT 23:1 Alò, Jésus te pale avèk foul la ak disip Li yo
MAT 23:2 Li te di yo: “Skrib yo avèk Farizyen yo gen tan chita nan chèz Moïse la.
MAT 23:3 Pou sa, tout sa yo mande nou fè ak swiv, fè l. Men pa swiv zak yo, paske yo pale bagay sa yo, men yo pa fè yo.
MAT 23:4 Yo mare gwo chaj e mete yo sou zepòl a moun; men yo menm, yo p ap leve menm yon dwèt pou ede yo.
MAT 23:5 “Men yo fè tout zak pa yo pou moun kapab wè. Yo agrandi filaktè pa yo (ti bwat ki pote woulo avèk Ekriti Sen yo ekri ladann) e fè ganiti (alonj ki fèt ak kòd) arebò vètman yo vin pi long.
MAT 23:6 Yo renmen plas onè nan resepsyon yo, avèk plas ki pi enpòtan nan sinagòg yo,
MAT 23:7 ak salitasyon ki plen respè nan mache yo, e pou tout moun rele yo ‘Rabbi’ (Mèt).
MAT 23:8 “Men pa kite yo rele nou ‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye.
MAT 23:9 Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la.
MAT 23:10 Ni pa kite yo rele nou Direktè, paske nou gen yon sèl Direktè; se Kris la.
MAT 23:11 “Men pi gran pami nou an va vin sèvitè nou.
MAT 23:12 Konsa, sila ki pran wo plas yo ap desann, e sila ki desann tèt yo ap vin gen yon wo plas.
MAT 23:13 “Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.
MAT 23:14 “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo! Ipokrit! Paske nou bloke wayòm syèl la kont moun. Nou p ap antre nou menm, ni nou pa kite sila k ap antre yo ale ladann.
MAT 23:15 “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo; ipokrit nou ye! Paske nou travèse tout latè avèk lanmè pou fè yon sèl disip; e lè nou fè l, li vini de fwa plis fis lanfè ke nou menm.
MAT 23:16 “Malè a nou menm, gid ki avèg! Ki di: ‘Sila ki sèmante sou tanp lan, sa pa anyen, men sila ki sèmante sou lò a tanp lan, se oblije.’
MAT 23:17 Bann sòt ak moun avèg! Kisa ki pi gran? Lò a, oubyen tanp lan ki sanktifye lò a?
MAT 23:18 “Epi ‘Sila ki sèmante sou lotèl la, sa pa anyen; men sila ki sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije’.
MAT 23:19 Moun avèg! Kilès ki pi enpòtan, ofrann sou lotèl la, oubyen lotèl la ki sanktifye lofrann nan?
MAT 23:20 “Pou sa, sila ki sèmante sou lotèl la, sèmante ni sou li, ni sou tout bagay ki sou li.
MAT 23:21 Epi sila ki sèmante sou tanp lan, sèmante non sèlman sou tanp lan, men osi sou Sila ki rete ladann nan.
MAT 23:22 Epi sila ki sèmante sou syèl la, sèmante non sèlman sou twòn Bondye a, men sou Sila ki chita ladann nan.
MAT 23:23 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo.
MAT 23:24 Nou menm, gid ki avèg, ki sèvi ak yon paswa pou retire mouch, men nou vale yon chamo!
MAT 23:25 “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou netwaye deyò tas la ak plato a, men anndan yo plen avèk bann vòlè k ap peze souse ak mechanste pou acheve tout bezwen pèsonèl yo.
MAT 23:26 Nou menm, Farizyen ki avèg yo; premyèman, netwaye anndan tas la ak plato a, pou deyò li kapab vin pwòp tou.
MAT 23:27 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou tankou tonm ki blanchi deyò pou parèt bèl, men anndan yo ranpli avèk zo mò ak tout kalite pouriti.
MAT 23:28 Menm jan an, nou menm tou, nou gen aparans ladwati, men anndan nou ranpli avèk ipokrizi ak linikite.
MAT 23:29 “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou bati tonm pou pwofèt yo e dekore moniman a sila ki te jis yo,
MAT 23:30 epi di: ‘Si nou te viv nan jou zansèt nou yo, nou pa t ap ede yo vèse san a pwofèt yo’.
MAT 23:31 An konsekans, nou temwaye kont pwòp tèt pa nou; ke nou menm se fis a moun ki te touye pwofèt yo.
MAT 23:32 “Konsa, ranpli mezi koupabilite nou, menm jan tankou zansèt nou yo te fè a.
MAT 23:33 Bann sèpan, nich ranpli ak koulèv; kijan pou nou ta kapab chape de chatiman lanfè a?
MAT 23:34 “Pou sa, gade, Mwen ap voye bannou pwofèt ak moun saj, ak Skrib yo. Kèk nan yo, nou va touye e krisifye. Kèk nan yo, nou ap bay kout fwèt nan sinagòg nou yo, e pèsekite yo soti nan yon vil jiska yon lòt,
MAT 23:35 pou sa rive ke sou nou kapab tonbe koupabilite pou tout san ki te vèse sou latè yo, kòmanse avèk Abel ki te jis, pou rive jouk nan san Zacharie, fis a Barachie a, ke nou te asasine antre tanp lan ak lotèl la.
MAT 23:36 “Anverite, Mwen di nou ke tout bagay sa yo ap rive sou jenerasyon sila a.
MAT 23:37 “O Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.
MAT 23:38 “Gade byen, lakay nou rete nan men nou dezole nèt.
MAT 23:39 Paske Mwen di nou: Depi koulye a, nou p ap wè M jiskaske nou di: ‘Beni se Sila ki vini nan non Senyè a.’”
MAT 24:1 Jésus te sòti nan tanp lan e t ap fè wout Li. Disip Li yo te vini pou montre Li bèl konstriksyon tanp lan.
MAT 24:2 Men Li te di yo: “Konsa, nou wè tout bagay sa yo? Anverite, Mwen di nou ke pa menm yon wòch isit la ap rete sou youn lòt ki p ap jete dekonble nèt.”
MAT 24:3 Pandan Li t ap chita sou Mòn Oliv la, disip Li yo te vin kote Li an prive. Yo te mande L: “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e ki sign k ap fè nou konnen ke Ou ap vini, e k ap enfòme nou sou fen tan yo?”
MAT 24:4 Jésus te reponn yo: “Fè atansyon pou pèsòn pa kondwi nou nan erè!”
MAT 24:5 Konsa, anpil moun ap vini nan non Mwen k ap di: ‘Se Mwen ki Kris La’, e yo va kondwi anpil moun nan erè.
MAT 24:6 “Nou va tande afè lagè, avèk bwi ki pale sou lagè, men fè atansyon pou nou pa pè. Fòk bagay sa yo rive, men sa se pa lafen an.
MAT 24:7 Paske nasyon ap leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm. Nan plizyè andwa, va gen gwo grangou avèk tranbleman de tè yo.
MAT 24:8 Men tout bagay sa yo se sèlman kòmansman an; tankou premye doulè a fanm k ap akouche a.
MAT 24:9 “Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.
MAT 24:10 “Konsa, nan tan sa a, anpil moun ap chite. Youn ap denonse lòt, e youn ap rayi lòt.
MAT 24:11 Epi anpil fo pwofèt ap leve, e y ap mennen anpil moun nan erè.
MAT 24:12 Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt.
MAT 24:13 Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.
MAT 24:14 “Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.
MAT 24:15 “Pou sa, kon pwofèt Daniel te pale a, lè nou wè abominasyon dezolasyon an ki te pale pa Daniel, pwofèt la, k ap kanpe nan lye sen an, (kite moun k ap li a konprann)
MAT 24:16 nan moman sa a kite sila nan Judée yo sove pou ale nan mòn yo.
MAT 24:17 Nenpòt moun ki anwo kay la pa dwe desann pou pran byen li nan kay li,
MAT 24:18 ni nenpòt moun ki nan chan an pa dwe retounen pou pran rad li.
MAT 24:19 Men malè a sila ki ansent yo e a sila k ap bay pitit yo tete nan jou sa yo!
MAT 24:20 “Men priye pou ou pa oblije sove ale nan livè, ni nan yon jou Saba,
MAT 24:21 paske nan tan sa a, ap gen yon gwo tribilasyon yon jan ki pa janm fèt depi nan kòmansman mond lan, jouk rive koulye a, ni p ap janm genyen ankò.
MAT 24:22 Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.
MAT 24:23 “Nan lè sa a, si yon moun di nou: ‘Gade, men Kris la isit la’, oubyen ‘Men Li la’, pa kwè li.
MAT 24:24 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo.
MAT 24:25 Veye, Mwen avèti nou davans.
MAT 24:26 “Si yo di nou ‘Men Li nan dezè a’ pa ale la; oubyen ‘Gade la, Li la nan chanm pa anndan an, pa kwè yo.
MAT 24:27 Paske menm jan ke kout eklè a sòti nan lès pou klere jouk rive nan lwès, konsa n ap wè vini Fis a Lòm nan.
MAT 24:28 Nenpòt kote kadav la ye, se la ou va twouve votou yo.
MAT 24:29 “Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.
MAT 24:30 “Epi nan moman sa a, sign a Fis a Lòm nan va parèt nan syèl la, e tout tribi sou tè a va kriye avèk doulè, paske yo va wè Fis a Lòm nan vini sòti sou nyaj syèl yo avèk pouvwa ak gran glwa,
MAT 24:31 epi Li va voye zanj Li avèk yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.
MAT 24:32 “Koulye a, vin konprann parabòl a pye fig frans lan: lè branch li vin vèt, e prezante fèy, nou konnen ke gran sezon chalè a rive sou nou.
MAT 24:33 Ou menm tou, lè nou wè tout bagay sa yo, rekonèt ke Li pwòch, Li parèt menm nan pòt la.
MAT 24:34 “Anverite, Mwen di nou: Jenerasyon sila a p ap disparèt jouk lè ke tout bagay sa yo fin pase.
MAT 24:35 Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.
MAT 24:36 Men konsènan jou sa a, avèk lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
MAT 24:37 “Paske vini a Fis a Lòm nan va menm jan avèk jou a Noé yo.
MAT 24:38 Paske menm jan ke jou yo te ye avan gwo delij la, yo t ap manje e bwè; yo t ap marye, e t ap bay moun nan maryaj, jouk jou ke Noé te antre nan lach la.
MAT 24:39 Epi yo pa t konprann jiskaske delij la te vini e pote yo tout ale; konsa l ap ye avèk vini a Fis a Lòm nan.
MAT 24:40 “Nan moman sa a, ap gen de mesye nan yon chan; youn ap prale; lòt la ap rete.
MAT 24:41 De fanm k ap moulen nan moulen an; youn ap prale, lòt la ap rete.
MAT 24:42 “Pou sa,
MAT 24:43 men konnen byen yon bagay; si mèt kay la te konnen a kilè nan nwit lan vòlè a t ap parèt, li t ap veye plis, e pa t ap kite kay la kase.
MAT 24:44 Pou rezon sa a, fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.
MAT 24:45 “Kilès, konsa, ki se esklav fidèl e rezonab ke mèt la te mete responsab tout lakay li, pou bay yo manje nan lè ke yo bezwen?
MAT 24:46 Beni se esklav k ap fè sa lè mèt li vini an.
MAT 24:47 Anverite Mwen di nou ke l ap mete li kòm chèf sou tout byen li yo.
MAT 24:48 “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’,
MAT 24:49 epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo,
MAT 24:50 mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen,
MAT 24:51 epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen kriye avèk manje dan.”
MAT 25:1 “Konsa, Wayòm syèl la tankou dis vyèj ki te pran lanp yo pou soti e rankontre jennonm k ap marye a.
MAT 25:2 Senk nan yo te manke sajès, men lòt senk yo te gen bon konprann.
MAT 25:3 Lè sila ki manke sajès yo te pran lanp yo, yo pa t pran lwil avèk yo.
MAT 25:4 Men saj yo te pran lwil nan veso ansanm avèk lanp yo.
MAT 25:5 Konsa, pandan jennonm nan t ap pran reta, yo tout te vin fatige, e dòmi te pran yo.
MAT 25:6 “Men a minwi, te gen yon gwo kri: ‘Men gade, jennonm k ap marye a parèt! Vin rankontre li.’
MAT 25:7 “Alò, tout vyèj sa yo te leve pou prepare lanp pa yo.
MAT 25:8 Men sila ki pa t saj yo te di a sila ki te pridan yo: ‘Bannou kèk nan lwil pa nou an, paske lanp nou yo ap etenn.’
MAT 25:9 “Men saj yo te reponn: ‘Non, pwiske si nou fè sa, nou p ap rete kont pou nou. Pito nou ale kote machann pou nou achte pou tèt nou.’
MAT 25:10 “Konsa, pandan yo t ap pral achte, jennonm nan te vin parèt e sila ki te prepare yo te antre avè l nan fèt maryaj la. Epi pòt la te vin fèmen.
MAT 25:11 “Pita lòt vyèj yo te vini. Yo te di: ‘Senyè, Senyè, louvri pòt la pou nou.
MAT 25:12 “Men li te reponn yo konsa: ‘Anverite mwen di nou, mwen pa rekonèt nou.’
MAT 25:13 “Pou sa, fè atansyon, paske nou pa konnen ni jou, ni lè.
MAT 25:14 “Konsa, li menm jan avèk yon nonm ki fenk pare pou fè yon vwayaj. Li rele esklav li yo, e konfye tout sa li posede nan men yo menm.
MAT 25:15 A youn li te bay senk talan (yon gwo sòm dajan) a yon lòt de, e a yon lòt, youn, selon kapasite ke chak te genyen. Epi li te sòti pou fè vwayaj la.
MAT 25:16 Imedyatman, sila ki te resevwa senk talan yo te fè afè avèk yo, e te ranmase yon lòt senk talan anplis.
MAT 25:17 “Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt.
MAT 25:18 Men sila ki te resevwa yon sèl talan an te ale fouye yon twou nan tè pou te sere lajan mèt li.
MAT 25:19 “Apre anpil tan, mèt a esklav sa yo te vini pou te regle kont avèk yo.
MAT 25:20 Sila ki te resevwa senk talan yo te vin pote li avèk yon lòt senk talan ankò, epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak senk talan. Ou wè, mwen fè l rapòte senk talan anplis.’
MAT 25:21 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
MAT 25:22 “Sila ki te resevwa de talan yo te vini epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak de talan. Ou wè, mwen fè l rapòte de talan anplis.’
MAT 25:23 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon sèvitè fidèl la. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
MAT 25:24 “Konsa, sila osi ki te resevwa yon sèl talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen.
MAT 25:25 Epi mwen te krent, e te ale sere talan an nan tè. Gade byen, ou twouve sa ki pou ou a.’
MAT 25:26 “Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen.
MAT 25:27 Pou sa, ou te dwe mete kòb mwen an labank pou lè m rive mwen ta kapab resevwa l avèk enterè.
MAT 25:28 “Konsa, retire talan an nan men li, epi bay li a sila a ki gen dis talan yo.
MAT 25:29 Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l.
MAT 25:30 Voye esklav initil sila a nan fon tenèb, nan plas kote ap genyen kriye ak manje dan.’
MAT 25:31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a.
MAT 25:32 Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit.
MAT 25:33 Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.
MAT 25:34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan.
MAT 25:35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre,
MAT 25:36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.
MAT 25:37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè?
MAT 25:38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad?
MAT 25:39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’
MAT 25:40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’
MAT 25:41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a.
MAT 25:42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè.
MAT 25:43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.
MAT 25:44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’
MAT 25:45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’
MAT 25:46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”
MAT 26:1 Lè Jésus te fin pale tout pawòl sa yo, Li te di a disip Li yo:
MAT 26:2 “Nou konnen ke apre de jou, Jou Pak Jwif la ap vini, e Fis a Lòm nan ap livre a yo menm pou yo kab krisifye L.”
MAT 26:3 Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la.
MAT 26:4 Epi yo te fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li.
MAT 26:5 Men yo t ap di: “Pa fè l pandan fèt la otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la.”
MAT 26:6 Alò, lè Jésus te Béthanie nan kay a Simon, lepre a,
MAT 26:7 yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Jésus, pandan Li te sou tab la.
MAT 26:8 Men disip yo te mekontan lè yo te wè sa. Yo te di: “Poukisa l ap fè gaspiyaj konsa?
MAT 26:9 Pwiske pafen sa a ta kapab vann pou yon gwo pri, e lajan sa a ta kapab separe bay a malere yo.”
MAT 26:10 Men Jésus te konprann sa, e te di yo: “Poukisa nou ap twouble fanm nan? Li fè M yon bon bagay.
MAT 26:11 Paske malere yo ap toujou avèk nou, men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan.
MAT 26:12 Pwiske lè li te vide pafen sila a sou kò M, li te fè l pou prepare Mwen pou lantèman.
MAT 26:13 Anverite, Mwen di nou ke nenpòt kote ke bòn nouvèl sila a preche nan tout mond lan, sa ke fanm sila a te fè a, ap toujou pale pou yo sonje li nèt.”
MAT 26:14 Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo.
MAT 26:15 Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?” Yo te peze bay li trant pyès ajan.
MAT 26:16 Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li.
MAT 26:17 Alò, nan premye jou Fèt Pen San Ledven an, disip yo te vin kote Jésus pou mande L: “Kibò Ou vle nou prepare manje Jou Pak Jwif la pou Ou?”
MAT 26:18 Li te di yo: “Ale nan vil la a yon sèten mesye e di li: ‘Mèt la di nou “Lè Mwen prèske rive. M ap fè fèt Jou Pak la lakay ou avèk disip Mwen yo.”’”
MAT 26:19 Disip yo te fè sa, jan Jésus te mande yo a. Konsa, yo te prepare Jou Pak la.
MAT 26:20 Alò, lè fènwa te vin rive, Jésus te lonje sou tab la avèk douz disip yo.
MAT 26:21 Pandan yo t ap manje, Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, youn nan nou ap trayi M”.
MAT 26:22 Avèk yon doulè pwofon, yo chak te kòmanse mande L: “Asireman, se pa mwen menm, Senyè?”
MAT 26:23 Li te reponn: “Sila ki mete men l avèk mwen nan bòl la, se li menm k ap trayi Mwen an.
MAT 26:24 Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke li ekri sou Li a, men malè a sila ki trayi Fis a Lòm nan! Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
MAT 26:25 Judas, ki t ap trayi Li a te reponn: “Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?” Li te reponn li: “Se ou menm ki di l.”
MAT 26:26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”
MAT 26:27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout;
MAT 26:28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo.
MAT 26:29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”
MAT 26:30 Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.
MAT 26:31 Konsa, Jésus te di yo: “Nou tout ap gaye akoz Mwen pandan nwit sa a, paske sa ekri: ‘Mwen va frape e fè tonbe bèje a, epi tout mouton va gaye.’
MAT 26:32 Men lè M leve, M ap prale devan nou Galilée.”
MAT 26:33 Men Pierre te reponn e te di Li: “Menm lè tout lòt yo fè bak akoz de Ou menm, mwen menm, mwen p ap fè bak.”
MAT 26:34 Jésus te di li: “Anverite Mwen di ou ke menm nwit sa a, avan kòk la gen tan chante, ou ap gen tan nye Mwen twa fwa.”
MAT 26:35 Pierre te di Li: “Menm si mwen oblije mouri avèk Ou, mwen p ap janm nye Ou.” Tout lòt disip yo te di menm bagay sila a tou.
MAT 26:36 Konsa, Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané. Li te di a disip Li yo: “Chita isit la pandan Mwen prale lòtbò a pou priye.”
MAT 26:37 Li te pran avè L Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès.
MAT 26:38 Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”.
MAT 26:39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”
MAT 26:40 Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Konsa, nou pa t kapab veye avè M pandan yon sèl èdtan?
MAT 26:41 Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a byen dispoze, men chè a fèb.”
MAT 26:42 Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: “Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, ke volonte Ou fèt.”
MAT 26:43 Ankò Li te retounen e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou.
MAT 26:44 Konsa, Li te kite yo ankò pou te ale pou priye yon twazyèm fwa. Li te fè menm priyè a yon fwa ankò.
MAT 26:45 Apre Li te vin kote disip Li yo. Li te mande yo: “Èske nou toujou ap dòmi epi pran repo nou? Gade, lè a rive. Fis a Lòm nan ap livre nan men pechè yo.
MAT 26:46 Leve, annou ale. Men gade, sila k ap trayi Mwen an gen tan rive!”
MAT 26:47 Pandan Li te toujou ap pale, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo.
MAT 26:48 Konsa, sila ki t ap trayi Li a te deja bay yo yon sinyal. Li te di: “Sila ke m bo a, se Li menm. Sezi Li.”
MAT 26:49 Touswit, Li te ale kote Jésus. Li te di: “Bonswa Rabbi (Mèt)!” e li te bo Li.
MAT 26:50 Jésus te di Li: “Zanmi M, poukisa ou vini la.” Konsa yo vin mete men yo sou Li, e te sezi Li.
MAT 26:51 Epi konsa, youn nan yo ki te avèk Jésus te rale nepe l, te voye l e koupe zòrèy a esklav gran prèt la.
MAT 26:52 Alò, Jésus te di l: “Remete nepe ou nan plas li; paske tout sila ki leve nepe yo, y ap peri pa nepe.
MAT 26:53 Men èske nou panse ke Mwen pa kapab fè apèl a Papa M, e l ap voye ban Mwen plis ke douz lejyon (sa vle di 72,000) zanj?
MAT 26:54 Men kijan konsa, pou Ekriti Sen yo kab vin akonpli ki fè nou konnen jan l ap oblije fèt?”
MAT 26:55 Nan moman sa a, Jésus te di a foul la: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta vin kont yon vòlè? Chak jou Mwen te konn chita nan tanp lan pou enstwi nou, e nou pa t janm sezi M.
MAT 26:56 Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.” Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.
MAT 26:57 Sila ki te sezi Jésus yo te mennen L ale pou wè Caïphe, gran prèt la, kote skrib yo avèk lansyen a pèp yo te gen tan rasanble.
MAT 26:58 Men Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan lakou wo prèt la. Li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè jan sa ta fini.
MAT 26:59 Epi chèf prèt yo avèk tout Konsèy la t ap fòse wè si yo ta kab twouve kèk fo temwayaj kont Jésus, pou yo ta kapab mete L a lanmò.
MAT 26:60 Men yo pa t twouve okenn, malgre ke anpil fo temwayaj te vin prezante. Men pita, te gen de ki te vin prezante.
MAT 26:61 Yo te di: “Nonm sa a te di: ‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’”
MAT 26:62 Konsa, wo prèt la te kanpe pou te di L: “Èske Ou p ap reponn? Kisa ke moun sa yo ap temwaye kont ou an?”
MAT 26:63 Men Jésus te rete an silans. Epi wo prèt la te di L: “Mwen egzije Ou pa Bondye vivan an, pou di nou, si Ou menm se Kris La, Fis Bondye a.”
MAT 26:64 Jésus te di li: “Ou te di li ou menm. Malgre sa, Mwen ap di nou, apre sa, nou va wè Fis a Lòm nan k ap chita sou men dwat Pwisan an e k ap vini sou nyaj ki nan syèl yo.”
MAT 26:65 Konsa wo prèt la te chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan.
MAT 26:66 Kisa nou panse?” Yo te reponn e te di: “Li merite lanmò!”
MAT 26:67 Epi yo krache nan figi Li, e te bat Li avèk kout pwen. Lòt yo te souflete L.
MAT 26:68 Yo te di: “Pwofetize pou nou, Ou menm Kris la! Kilès ki te frape Ou a?”
MAT 26:69 Konsa, Pierre te chita deyò a nan lakou a, e yon sèten fi ki t ap sèvi lòt yo te vin kote l. Li te di l: “Ou te osi avèk Jésus, Galileyen an.”
MAT 26:70 Men Li demanti devan tout e te di: “Mwen pa konnen menm de kisa w ap pale a!”
MAT 26:71 Epi lè li fin sòti sou galri a, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”
MAT 26:72 Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”
MAT 26:73 Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. Jan ou pale a devwale ou.”
MAT 26:74 Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!” Imedyatman, kòk la te chante.
MAT 26:75 Pierre te sonje mo Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.
MAT 27:1 Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.
MAT 27:2 Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a Pilate, gouvènè peyi a.
MAT 27:3 Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo.
MAT 27:4 Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.” Men yo te reponn li: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”
MAT 27:5 Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan santyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.
MAT 27:6 Chèf prèt yo te pran pyès ajan yo, e te di: “Sa pa pèmèt pou nou mete yo nan kès tanp lan, akoz ke se pri san.”
MAT 27:7 Konsa, yo te mete tèt yo ansanm. Avèk kòb la, yo te achte yon chan yo te rele Chan Kanari a pou yon simityè pou etranje yo.
MAT 27:8 Pou rezon sa a, yo rele chan sa a Chan San an, jiska jodi a.
MAT 27:9 Epi sa ki te pale pa pwofèt Jérémie a te akonpli, sa ki te di: “Yo te pran trant pyès ajan, pri sou Sila a ke yo te etabli yon pri; ke kèk nan fis Israël te etabli,
MAT 27:10 epi yo te bay yo pou Chan Kanari a jan Senyè a te dirije m nan.”
MAT 27:11 Alò, Jésus te kanpe devan gouvènè a, e gouvènè a te kesyone L konsa: “Èske ou se Wa a Jwif yo”? Jésus te reponn li: “Se konsa ou di a.”
MAT 27:12 Lè Li te akize pa chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo, Li pa t reponn.
MAT 27:13 Konsa, Pilate te di L: “Èske ou pa tande konbyen bagay yo temwaye kont Ou?”
MAT 27:14 Li pa t reponn li menm a yon sèl akizasyon. Gouvènè a te byen etone pou sa.
MAT 27:15 Alò, nan fèt la, gouvènè a te abitye lage pou pèp la yon sèl prizonye selon volonte pa yo.
MAT 27:16 Nan moman sa a, yo te gen yon move prizonye byen rekonèt, yo te rele Barabbas.
MAT 27:17 Konsa, lè yo te reyini ansanm, Pilate te mande yo: “Kilès nou vle m lage pou nou? Barabbas, oubyen Jésus ke yo rele Kris la?”
MAT 27:18 Paske li te byen konprann ke se jalouzi ki te fè yo livre Li.
MAT 27:19 Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”
MAT 27:20 Men chèf prèt yo avèk lansyen yo te konvenk yo pou mande pou Barabbas, e pou mete Jésus a lanmò.
MAT 27:21 Men gouvènè a te reponn e te di yo: “Kilès nan de sa yo nou ta vle m lage bannou?” E yo te di: “Barabbas!”
MAT 27:22 Pilate te di: “E kisa pou mwen ta fè avèk Jésus ke yo rele Kris la?” E yo te di: “Krisifye Li!”
MAT 27:23 Li te di: “Poukisa, ki mal Li fè?” Men yo te kontinye rele pi fò: “Krisifye Li!”
MAT 27:24 Konsa, lè Pilate te wè ke li pa t ap rezoud anyen, men okontrè, pèp la te kòmanse ap fè tenten, li te pran dlo pou te lave men li devan pèp la, e te di: “Mwen inosan a san Nonm sila a; fè l nou menm”.
MAT 27:25 Tout pèp la te reponn e te di: “Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!”
MAT 27:26 Konsa, li te lage Barabbas pou yo; men li te fè yo bat Jésus avèk fwèt, epi li te livre Li pou L te krisifye.
MAT 27:27 Epi sòlda a gouvènè yo te pran Jésus ale nan pretwa a (lakou gad la), e te rasanble tout kowòt la (yon bann sòlda Women) pou antoure Li.
MAT 27:28 Yo te retire rad sou Li, e te abiye Li avèk yon vètman wouj.
MAT 27:29 Epi lè yo fin trese yon kouwòn avèk bwa pikan, yo te mete li sou tèt Li, ak yon wozo nan men dwat Li. Yo te bese ajenou devan L pou te moke L. Yo te di L: “Salitasyon, Wa a Jwif yo!”
MAT 27:30 Yo te krache sou Li, yo te pran wozo a e te kòmanse bat Li nan tèt.
MAT 27:31 Lè yo te fin moke L, yo te retire vètman wouj la sou Li, e te remete rad Li sou Li pou mennen L al krisifye.
MAT 27:32 Pandan yo t ap sòti, yo te rankontre yon nonm peyi Siryen ke yo te rele Simon, e yo te fòse li pote Kwa Li a.
MAT 27:33 Lè yo te rive nan yon plas yo rele Golgotha, ki vle di Plas Zo Bwa Tèt La,
MAT 27:34 yo te bay Li diven pou bwè mele avèk fyèl. Men lè L te goute l, Li pa t dakò bwè l.
MAT 27:35 Answit lè yo te fin krisifye L, yo te pataje vètman Li pami yo selon tiraj osò.
MAT 27:36 Epi konsa, yo te chita e te kòmanse veye L la.
MAT 27:37 Yo te plase anwo tèt Li akizasyon ki te kont Li an ki te di: “SA SE JÉSUS WA JWIF LA”.
MAT 27:38 Nan menm lè sa a, de vòlè te krisifye avè L, youn pa adwat Li, e youn pa agoch Li.
MAT 27:39 Sila yo ki t ap pase la yo t ap voye kout lang sou Li, e t ap souke tèt yo.
MAT 27:40 Yo t ap di: “Ou menm k ap detwi tanp lan pou rebati li nan twa jou a, sove pwòp tèt ou! Si ou se Fis Bondye a, sòti sou kwa a.”
MAT 27:41 Epi menm jan an, chèf prèt yo avèk skrib ak lansyen yo t ap moke L e t ap di:
MAT 27:42 “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove pwòp tèt Li. Si Li se Wa Israël la, koulye a, kite L sòti sou kwa a, e n ap kwè nan Li.
MAT 27:43 Li mete konfyans nan Bondye. Kite Li sove Li koulye a, si Li vlè L; paske Li te di: ‘Mwen se Fis Bondye a’”.
MAT 27:44 Anplis, volè ki te krisifye avè L yo t ap voye menm ensilt yo sou Li.
MAT 27:45 Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).
MAT 27:46 Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”
MAT 27:47 Epi kèk nan yo ki te kanpe la, lè yo te tande sa, yo te kòmanse di: “Nonm sa a ap rele Elie”.
MAT 27:48 E lapoula, youn nan yo te kouri pran yon eponj. Li te ranpli li avèk vinèg si, e plase li sou yon wozo pou te bay Li pou bwè.
MAT 27:49 Men lòt yo te di: “Annou wè si Elie ap vin sove L”.
MAT 27:50 Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.
MAT 27:51 Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann.
MAT 27:52 Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki t ap dòmi te vin leve.
MAT 27:53 Yo te sòti nan tonm yo lè Li te fin resisite e te antre nan vil sen an kote yo te parèt a anpil moun.
MAT 27:54 Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”
MAT 27:55 Anpil fanm te la. Yo t ap gade a yon distans. Se te sila ki te swiv Jésus yo soti Galilée pandan yo t ap sèvi L.
MAT 27:56 Pami yo, te gen Marie a Magdala, Marie, manman a Jacques ak Joseph, e manman a fis Zébédée yo.
MAT 27:57 Lè li te fin fènwa, te vini yon nonm rich ki te soti Arimathée, ke yo te rele Joseph. Li menm osi, li te deja yon disip a Jésus.
MAT 27:58 Mesye sila a te mande Pilate pou kò Jésus. Konsa Pilate te kòmande ke li te livre bay li.
MAT 27:59 Epi Joseph te pran kò a e te vlope li nan yon twal lèn pwòp.
MAT 27:60 Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.
MAT 27:61 Epi Marie ki te sòti Magdala te la avèk lòt Marie a, ki te chita anfas tonm lan.
MAT 27:62 Konsa, nan jou swivan an, ki te jou apre preparasyon an, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te reyini avèk Pilate.
MAT 27:63 Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: ‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’
MAT 27:64 Pou sa, kòmande pou yo mete tonm nan an sekirite jiska twa jou. Otreman, disip Li yo kab vin vòlè Li e di pèp la ke Li gen tan leve nan lanmò; epi dènye desepsyon sila a ap pi mal pase premye a.”
MAT 27:65 Pilate te di yo: “Nou genyen gad la; ale mete li ansekirite jan nou konnen an.”
MAT 27:66 Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon so sou wòch la.
MAT 28:1 Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.
MAT 28:2 Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li.
MAT 28:3 Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.
MAT 28:4 Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.
MAT 28:5 Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a.
MAT 28:6 Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.”
MAT 28:7 “Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nanGalilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”
MAT 28:8 Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo.
MAT 28:9 Pandan yo t ap w ale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo. Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L.
MAT 28:10 Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”
MAT 28:11 Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a.
MAT 28:12 Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo.
MAT 28:13 Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi.
MAT 28:14 Si sa ta gen tan rive nan zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’”.
MAT 28:15 Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.
MAT 28:16 Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a.
MAT 28:17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.
MAT 28:18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.
MAT 28:19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an.
MAT 28:20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”
MAR 1:1 Kòmansman bòn nouvèl Jésus Kris la, Fis Bondye a.
MAR 1:2 Jan li ekri nan Ésaïe, pwofèt la, “Gade byen, Mwen voye mesaje Mwen an pa devan nou, ki va prepare chemen nou;
MAR 1:3 Se vwa a youn k ap kriye nan dezè a, ‘Prepare chemen SENYÈ a; fè wout li dwat.’”
MAR 1:4 Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou preche batèm repantans lan pou padon peche yo.
MAR 1:5 Tout peyi Judée a t ap prale bò kote li avèk tout pèp Jérusalem lan. Konsa, yo t ap batize pa li menm nan larivyè Jourdain an. Yo t ap konfese peche yo.
MAR 1:6 Jean te abiye avèk pwal chamo. Yon sentiwon te antoure senti li, epi manje li se te krikèt avèk myèl sovaj.
MAR 1:7 Li t ap preche pou di: “Apre mwen gen youn k ap vini ki pi gran pase m, epi mwen pa menm dign pou m ta bese demare lasèt sandal Li.
MAR 1:8 Mwen batize nou avèk dlo, men Li va batize nou avèk Lespri Sen an.”
MAR 1:9 Nan jou sa yo, Jésus te sòti Nazareth nan Galilée, e te batize pa Jean nan Jourdain an.
MAR 1:10 Nan menm moman ke Li te sòti nan dlo a, Li te wè syèl la vin louvri, e Lespri a kon yon toutrèl te vin desann sou Li.
MAR 1:11 Yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
MAR 1:12 Nan menm moman an Lespri a te pouse Li ale nan dezè a.
MAR 1:13 Konsa, Li te nan dezè a pou karant jou pandan Satan t ap tante Li. Li te avèk bèt sovaj yo, epi se zanj yo ki te okipe Li.
MAR 1:14 Alò, apre Jean te fin arete, Jésus te vini Galilée. Li t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.
MAR 1:15 Li te di: “Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”
MAR 1:16 Pandan li t ap pase bò kote lanmè Galilée a, Li te wè Simon avèk André, frè a Simon an, ki t ap voye yon senn nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.
MAR 1:17 Jésus te di yo: “Swiv Mwen, e M ap fè nou fè lapèch moun.”
MAR 1:18 La menm, yo te kite senn yo pou te swiv Li.
MAR 1:19 Pi lwen Li te wè Jacques, fis Zébédée a, ak Jean, frè li a, ki t ap repare senn yo nan kannòt la.
MAR 1:20 Lapoula Li te rele yo, e yo te kite Zébédée, papa yo, nan kannòt la avèk sèvitè jounalye yo, e te sòti pou swiv Li.
MAR 1:21 Yo te ale Capernaüm. Imedyatman nan Saba a, Li te antre nan sinagòg la pou l te kòmanse enstwi.
MAR 1:22 Yo te etone pou jan Li te enstwi a. Paske Li te enstwi kon yon moun ki te gen otorite, e pa kon skrib yo.
MAR 1:23 Nan menm lè sa a, te gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon move lespri. Li t ap rele fò
MAR 1:24 pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”
MAR 1:25 Konsa Jésus te reprimande L. Li te di l: “Pe la, e sòti nan li!”
MAR 1:26 Move lespri a te boulvèse li avèk gwo kriz. Li te kriye ak yon vwa fò, e te kite li.
MAR 1:27 Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”
MAR 1:28 Byen vit nouvèl la te kouri toupatou nan tout anviwon Galilée a.
MAR 1:29 Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.
MAR 1:30 Bèlmè Simon an te kouche malad avèk yon lafyèv. Imedyatman yo te pale avèk Li konsènan li.
MAR 1:31 Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.
MAR 1:32 Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo.
MAR 1:33 Tout vil la te rasanble devan pòt la.
MAR 1:34 Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.
MAR 1:35 Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.
MAR 1:36 Konsa, Simon avèk sila ki te avè l yo t ap chèche Li.
MAR 1:37 Yo te twouve li, e te di L: “Tout moun ap chèche Ou”.
MAR 1:38 Li te di yo: “Annou ale yon lòt kote nan vil ki toupre yo pou M kab preche la tou, paske se pou sa ke M te vini.”
MAR 1:39 Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.
MAR 1:40 Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.
MAR 1:41 Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”.
MAR 1:42 Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.
MAR 1:43 Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale.
MAR 1:44 Li te di li: “Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
MAR 1:45 Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.
MAR 2:1 Lè L te retounen kèk jou apre, nouvèl la te gaye ke Li te lakay Li.
MAR 2:2 Byen vit anpil moun te rasanble devan pòt la pou jis lè pa t gen plas ankò, e Li te pale pawòl la bay yo.
MAR 2:3 Epi yo te pote bay Li yon paralitik ki te pote pa kat mesye.
MAR 2:4 Yo pa t kab rive bò kote L akoz foul la. Konsa, yo te retire twati kay la, e lè yo te fin fouye yon twou, yo te lonje palèt la desann sou li avèk mesye paralize ki te kouche a.
MAR 2:5 Jésus, lè L te wè lafwa yo, te di a paralitik la: “Fis Mwen, peche ou yo padone.”
MAR 2:6 Men te gen kèk nan skrib yo ki te chita la ki te rezone nan kè yo:
MAR 2:7 “Poukisa nonm sa a pale konsa? L ap blasfeme; kilès sof ke Bondye sèl ki kab padone peche?”
MAR 2:8 Epi nan menm moman an, Jésus, okouran nan lespri Li ke yo t ap reflechi konsa, te di yo: “Poukisa nou ap rezone sou bagay sa yo konsa nan kè nou?
MAR 2:9 Kisa ki pi fasil pou di a paralitik la: ‘Peche ou yo padone’, oubyen leve pran palèt ou e mache?’
MAR 2:10 Men pou nou ka konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo” —Li te di a paralitik la:
MAR 2:11 “Mwen di ou leve, pran palèt ou e ale lakay ou.”
MAR 2:12 Byen vit, li te leve, pran palèt li, e te sòti deyò devan tout moun. Yo tout te etone. Yo t ap bay glwa a Bondye. Yo t ap di: “Nou pa janm wè yon bagay konsa”.
MAR 2:13 Li te ale deyò ankò bò kote lanmè a. Tout foul la te vin kote Li, e Li t ap enstwi yo.
MAR 2:14 Pandan Li t ap pase, Li te wè Lévi, fis a Alphée a, ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”! Konsa, li te leve pou swiv Li.
MAR 2:15 Li te vin rive pandan Li te sou tab lakay li a, ke anpil kolektè kontribisyon avèk pechè yo t ap dine avèk Jésus ak disip Li yo. Yo te anpil, e yo t ap swiv Li.
MAR 2:16 Lè skrib ak Farizyen yo te wè ke Li t ap manje avèk pechè ak ajan kontribisyon yo, yo te kòmanse di a disip Li yo: “Poukisa L ap manje e bwè avèk ajan kontribisyon yo avèk pechè yo?”
MAR 2:17 Lè L te tande sa, Jésus te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. Mwen pa t vini pou rele moun ki jis yo, men pechè yo”.
MAR 2:18 Disip a Jean avèk Farizyen yo t ap fè jèn, epi yo te vin di L: “Poukisa disip a Jean avèk disip a Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè L?”
MAR 2:19 Jésus te di yo: “Pandan jenn gason k ap marye a avèk yo, èske patisipan fèt yo fè jèn? Non, depi jennonm nan la, yo pa kapab fè jèn.
MAR 2:20 Men jou yo ap vini lè jennonm nan va retire de yo. Konsa, nan jou sa a, ya fè jèn.
MAR 2:21 “Pèsòn pa koud yon mòso twal ki poko lave sou yon vye rad, pou lè l fin lave, twal nèf la pa sere e separe de li; nèf la va kite ansyen an, e rad la va vin chire pi mal.
MAR 2:22 E pèsòn pa mete diven nèf nan ansyen veso kwi; otreman, diven an va pete kwi a e diven an va vin pèdi, ansanm ak kwi a; men diven nèf toujou ale nan veso kwi ki fre.”
MAR 2:23 Konsa, li te vin rive ke pandan Li t ap pase nan chan sereyal yo nan Saba a, pandan disip Li yo t ap ale, yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal.
MAR 2:24 Farizyen yo t ap di Li: “Gade la, poukisa y ap fè sa ki pa pèmi nan Saba”?
MAR 2:25 Li te di yo: “Èske nou pa janm li sa ke David te fè lè li te nan bezwen e te vin grangou, li menm avèk moun pa l yo?
MAR 2:26 Kijan li te antre menm nan kay Bondye a nan tan wo prèt la Abiathar? Jan li te manje pen konsakre a ki pa pèmi pou pèsòn manje sof ke prèt yo, e li te bay li osi a sila ki te avè l yo?”
MAR 2:27 Jésus te di yo: “Saba a te fèt pou lòm, e pa lòm pou Saba a.
MAR 2:28 Konsa, Fis a Lòm nan se Mèt la, menm a Saba a.”
MAR 3:1 Li te antre ankò nan sinagòg la, epi yon nonm te la avèk yon men sèch.
MAR 3:2 Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.
MAR 3:3 Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”
MAR 3:4 Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.
MAR 3:5 Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.
MAR 3:6 Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.
MAR 3:7 Jésus te retire kò l bò kote lanmè a ansanm avèk disip Li yo. Yon gran foul ki sòti Galilée t ap swiv li, ansanm avèk moun peyi Judée yo,
MAR 3:8 avèk Jérusalem, Idumée ak lòtbò Jourdain an ak landwa Tyr avèk Sidon. Yon gwo foul moun ki te tande tout sa Li t ap fè, te vin kote Li.
MAR 3:9 Li te di disip Li yo ke yon kannòt ta dwe prepare pou Li, akoz gran foul la, pou yo pa peze L twòp.
MAR 3:10 Paske Li te geri anpil moun, e kon rezilta, tout sa ki te aflije yo t ap peze L pou yo ta kapab touche L.
MAR 3:11 E nenpòt lè ke move lespri yo te wè L, yo t ap tonbe devan Li, kriye fò e di: “Ou se Fis Bondye a!”
MAR 3:12 Konsa, Li te reponn yo avèk severite pou yo pa di ki moun li te ye.
MAR 3:13 Li te monte sou mòn nan, pou L te rele sila ke Li menm te vle yo, e yo te vin kote Li.
MAR 3:14 Li te dezinye douz yo, pou yo ta kapab avè L, e pou Li ta kapab voye yo deyò pou preche,
MAR 3:15 e pou yo ta kab gen otorite pou chase move lespri yo:
MAR 3:16 Simon, ki rele Pierre,
MAR 3:17 Jacques, fis Zébédée a, avèk Jean, frè a Jacques, (a li menm Li te bay non Boanergès ki vle di Fis a tonnè yo);
MAR 3:18 André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la;
MAR 3:19 ansanm avèk Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.
MAR 3:20 Apre, Li te retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.
MAR 3:21 Lè pwòp fanmi pa Li te tande sa, yo te ale deyò pou pran chaj Li, paske yo t ap di: “Li gen tan pèdi bon tèt Li”.
MAR 3:22 Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.
MAR 3:23 Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò?
MAR 3:24 Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe.
MAR 3:25 Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe.
MAR 3:26 Si Satan fin leve kont tèt li, epi li divize, li p ap kab kanpe, men li fini!
MAR 3:27 “Men pèsòn p ap kapab antre lakay a yon nonm fò, e piyaje byen li, sof ke premyèman li mare mesye fò a; e apre sa, l ap piyaje kay li.
MAR 3:28 “Anverite, Mwen di nou tout peche fis a lòm yo ap padone, e menm nenpòt blasfèm yo fè;
MAR 3:29 men nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”
MAR 3:30 Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”.
MAR 3:31 Alò, manman Li, avèk frè Li yo te rive kanpe deyò a, yo te voye kote Li e te rele Li.
MAR 3:32 Yon foul te chita toupatou antoure L, e yo te di Li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo ap chèche Ou deyò a”.
MAR 3:33 Li te reponn yo e te di: “Kilès ki manman M ak frè M?”
MAR 3:34 Li te gade toupatou sou sila ki te chita antoure Li yo e Li te di: “Gade, men manman M avèk frè M yo!
MAR 3:35 Paske sila ki fè volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, sè M, ak manman M”.
MAR 4:1 Li te kòmanse enstwi yo ankò bò kote lanmè a. Yon gwo foul te ransanble kote Li jiskaske Li te vin antre nan yon kannòt sou lanmè a e Li te chita. Tout foul la te kanpe atè bò lanmè a.
MAR 4:2 Konsa, Li te enstwi yo anpil bagay an parabòl. Li t ap di yo nan ansèyman li;
MAR 4:3 “Koute! Yon moun ki t ap simen te ale deyò pou simen grenn.
MAR 4:4 Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la pou zwazo yo vin manje l nèt.
MAR 4:5 “Lòt grenn te tonbe nan wòch kote pa t gen anpil tè. Byen vit, li te leve, paske tè a pa t gen pwofondè.
MAR 4:6 Konsa, lè solèy la fin leve, li te vin brile, e akoz li pa t gen rasin, li te fennen.
MAR 4:7 “Lòt grenn tonbe pami pikan yo. Pikan yo leve toufe li, e li pa t bay donn.
MAR 4:8 “Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.”
MAR 4:9 Konsa li te di: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande”.
MAR 4:10 Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.
MAR 4:11 Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.
MAR 4:12 Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”
MAR 4:13 Li te di yo: “Èske nou pa konprann parabòl sila a? Alò kijan nou va konprann tout parabòl yo?
MAR 4:14 “Moun k ap simen an simen pawòl la.
MAR 4:15 Se sila ki akote wout yo, ke lè pawòl la fin simen, yo tande. Men byen vit, Satan vin pran pawòl ki te simen an, e rachte l soti nan yo.
MAR 4:16 “E nan yon jan ki sanble ak sa, sila yo se yo menm ki te simen kote ki plen wòch yo. Lè yo fin tande pawòl la, byen vit, yo resevwa l avèk jwa.
MAR 4:17 Men yo pa gen rasin fon nan yo menm. Yo la pou yon ti tan. Lè afliksyon oswa pèsekisyon vini akoz pawòl la, lapoula yo vin chite.
MAR 4:18 “Lòt yo se sila yo ki te simen pami pikan yo. Se yo ki te tande pawòl yo,
MAR 4:19 men tout pwoblèm mond sa a ak sediksyon richès yo, avèk lanvi pou lòt bagay toufe pawòl la, pou li pa donnen fwi.
MAR 4:20 “Sila ki te simen nan bon tè a, se yo menm ki te tande pawòl la, yo te aksepte li, e yo te vin bay fwi trant, swasant e menm san fwa.”
MAR 4:21 Konsa Li t ap di yo: “Èske yon lanp pote pou mete anba yon panyen oubyen anba yon kabann? Èske yo pa pote li pou mete li sou yon chandelye?
MAR 4:22 Paske anyen pa kache, sof ke pou revele, ni anyen pa an sekrè, sof ke pou parèt nan limyè.
MAR 4:23 Si yon moun gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
MAR 4:24 E Li t ap di yo: “Fè atansyon a sa nou koute. Menm jan ke nou mezire bay, li va mezire remèt a nou menm; e menm plis, y ap bannou ki tande.
MAR 4:25 Paske a nenpòt moun ki genyen, l ap resevwa anplis, e a nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men li.”
MAR 4:26 E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè.
MAR 4:27 Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen.
MAR 4:28 Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la.
MAR 4:29 Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto, paske lè rekòlt la rive.”
MAR 4:30 Li te di: “Kijan n ap imajine wayòm Bondye a, oubyen selon ki parabòl nou kapab reprezante li?
MAR 4:31 Li tankou yon grenn moutad ke lè l simen nan tè, li pi piti pase tout grenn ki sou latè.
MAR 4:32 Malgre sa, lè l fin simen, li grandi e vin pi gwo pase tout lòt plant nan jaden yo, epi fè gwo branch, pou zwazo anlè yo kab vin fè nich anba lonbraj li.”
MAR 4:33 Ak anpil parabòl konsa, Li te pale pawòl la avèk yo nan limit yo ta kapab tande l pou konprann.
MAR 4:34 Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.
MAR 4:35 Nan jou sa a, lè lannwit vin rive, Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò”.
MAR 4:36 Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.
MAR 4:37 Konsa, te vin leve yon gwo van tanpèt, ak vag lanmè ki t ap kraze sou kannòt la otan ke kannòt la te prèske fin plen nèt.
MAR 4:38 Jésus Li menm te nan pwent dèyè kote L t ap dòmi sou yon kousen. Yo te fè L leve e te di Li: “Mèt, èske sa pa fè Ou anyen ke n ap mouri?”
MAR 4:39 Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.
MAR 4:40 Li te di yo: “Poukisa nou pè konsa? Jiska prezan, nou poko gen lafwa?”
MAR 4:41 Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”
MAR 5:1 Yo te vini lòtbò lanmè a nan peyi Gadarenyen yo.
MAR 5:2 Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li.
MAR 5:3 Li t ap viv pami tonm yo, e pèsòn pa t kab mare l ankò, menm avèk yon chèn.
MAR 5:4 Paske li te konn mare souvant avèk gwo fè avèk chèn nan pye li. Chèn yo te konn vin chire separe nèt pa fòs li, e fè yo te kase an mòso. Pèsòn pa t kab donte l.
MAR 5:5 Konsa, tout tan, lajounen kon lannwit, pami tonm yo ak nan mòn yo, li t ap kriye fò e t ap blese kò l avèk wòch.
MAR 5:6 Lè l wè Jésus a distans, li kouri pwoche L pou l bese devan L.
MAR 5:7 Li te kriye avèk yon vwa fò, e te di: “Kisa m gen avè w Jésus, Fis a Bondye Pi Wo a? Mwen sipliye Ou pa Bondye, pa toumante mwen!”
MAR 5:8 Paske Li t ap di a li menm: “Sòti nan mesye sa a, ou menm move lespri a!”
MAR 5:9 Konsa, Li te mande l: “Kòman yo rele ou?” Li te di L: “Yo rele m Lejyon, paske nou anpil.”
MAR 5:10 Li te kòmanse sipliye Li seryezman pou Li pa voye yo deyò peyi a.
MAR 5:11 Konsa, te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan.
MAR 5:12 Tout move lespri yo te sipliye Li e te di: “Voye nou nan kochon yo pou nou kapab antre nan yo”.
MAR 5:13 Jésus te bay yo pèmisyon. Konsa nan sòti a, move lespri yo te antre nan kochon yo, e bann nan te kouri desann pant falèz mòn nan, jouk rive nan lanmè. Te gen anviwon de-mil nan yo, e yo te mouri nan dlo lanmè a.
MAR 5:14 Konsa, gadyen yo te kouri kite lye a, e te bay rapò sa nan vil la, tankou andeyò. E moun yo te vini pou wè sa ki te rive a.
MAR 5:15 Yo te vin kote Jésus e yo te wè mesye ki te konn gen move lespri a byen chita, byen abiye avèk tout bon lespri li. Se te menm moun ki te gen “Lejyon an”, e yo te vin gen krent.
MAR 5:16 Konsa, sila ki te wè l yo, te pale ak yo sou jan sa te rive mesye move lespri a, ak tout afè kochon yo.
MAR 5:17 E yo te kòmanse sipliye L pou L kite landwa sa a.
MAR 5:18 Pandan Li t ap antre nan kannòt la, mesye ki te gen move lespri a te sipliye L pou l ta kapab ale avèk Li.
MAR 5:19 Men Li pa t kite L ale, men te di li: “Ale lakay moun ou yo e bay yo rapò sou ki gran bagay SENYÈ a te fè pou ou, ak jan Li te fè ou gras.”
MAR 5:20 Li te sòti, e te kòmanse pwoklame nan Decapolis ki kalite bon bagay Jésus te fè pou li, e tout moun te etone.
MAR 5:21 Lè Jésus te fin pase lòtbò ankò nan kannòt la, yon gwo foul te rasanble antoure Li. Li te bò kote lanmè a.
MAR 5:22 Youn nan ofisye sinagòg yo ki te rele Jaïrus te pwoche. Lè l te wè Li, li te tonbe sou jenou Li.
MAR 5:23 Li te sipliye Li byen fò e te di: “Tifi mwen an prèt pou mouri. Silvouplè, vin poze men Ou sou Li pou li kapab vin geri e viv.”
MAR 5:24 Epi Li te ale avèk li. Yon gwo foul t ap swiv Li e yo t ap peze L.
MAR 5:25 Konsa, te gen yon fanm ki te gen yon emoraji pandan douz ane.
MAR 5:26 E li te soufri anpil nan men a anpil doktè. Li te depanse tout sa li te posede san rezilta, men li te vin pi mal atò.
MAR 5:27 Apre li te fin tande koze Jésus a, li te pwoche dèyè Li nan foul la, e te touche vètman Li.
MAR 5:28 Paske li te reflechi: “Si m sèlman touche rad Li, mwen va geri”.
MAR 5:29 Konsa, nan menm moman an, ekoulman san an te vin seche, e fanm nan te santi nan kò l ke maladi a te geri.
MAR 5:30 Nan menm moman an, Jésus te santi nan Li menm ke pouvwa a te kite L. Li te vire kote foul la e te di: “Kilès ki te touche vètman Mwen an?”
MAR 5:31 Disip Li yo te di L: “Ou wè tout foul sa a k ap peze Ou, e Ou mande: ‘Kilès ki touche M nan?’”
MAR 5:32 Li te gade toupatou pou wè fanm ki te fè sa a.
MAR 5:33 Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite.
MAR 5:34 Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.
MAR 5:35 Pandan Li t ap pale, moun yo te rive sòti lakay ofisye sinagòg la. Yo te di l: “Fi ou a gen tan mouri; ou pa bezwen twouble Mèt la ankò”.
MAR 5:36 Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.
MAR 5:37 Konsa, Li pa t kite pèsòn swiv Li sof ke Pierre, Jacques, ak Jean, frè a Jacques.
MAR 5:38 Yo te vini lakay ofisye sinagòg la, epi Li te wè yon gwo tenten, ak moun ki t ap kriye fò e rele “anmwey”.
MAR 5:39 Li antre, e Li te di yo: “Poukisa nou ap fè tout bri sa a, e kriye konsa? Pitit sa a pa mouri, men l ap dòmi”.
MAR 5:40 Konsa yo te kòmanse ri sou Li. Men lè Li te fin mete yo tout deyò, Li te pran manman ak papa a pitit la avèk moun pa L yo, e te antre kote pitit la te ye a.
MAR 5:41 Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”
MAR 5:42 Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi.
MAR 5:43 Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.
MAR 6:1 Jésus te kite la. Li te vini nan pwòp vil pa Li a, e disip Li yo te swiv Li.
MAR 6:2 Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?”
MAR 6:3 Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.
MAR 6:4 Konsa, Jésus te di yo: “Yon pwofèt pa janm san onè sof ke nan pwòp vil pa L, pami pwòp fanmi li e nan pwòp kay Li.”
MAR 6:5 Li pa t kab fè anpil mirak la, malgre Li te poze men Li sou kèk moun malad, e Li te geri yo.
MAR 6:6 Li te etone pa enkredilite yo. Epi Li t ap ale toupatou nan ti bouk yo pou bay enstriksyon.
MAR 6:7 Li te rele douz yo e te kòmanse voye yo sòti de pa de, e Li te bay yo otorite sou move lespri yo.
MAR 6:8 Konsa, Li te avèti yo ke yo pa t pou pran anyen pou vwayaj la sof ke yon baton; ni pen, ni yon sak, ni lajan pou mete nan senti yo;
MAR 6:9 men yo te gen pou mete sapat yo, e Li te di anplis: “Pa menm mete de tinik (yon wòb lejè)”.
MAR 6:10 Li te di yo: “Nenpòt kote nou antre nan yon kay, rete la jouk lè nou kite vil la.
MAR 6:11 Epi nenpòt kote ki pa resevwa nou, oswa koute nou, pandan nou ap kite la, souke retire menm pousyè ki anba pye nou kon temwayaj kont yo. Asireman mwen di ou, l ap pi tolerab pou Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a!”
MAR 6:12 Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti.
MAR 6:13 Yo t ap chase anpil move lespri, yo t ap onksyone malad yo avèk lwil, e t ap geri yo.
MAR 6:14 Wa Hérode te tande de bagay sa yo pwiske non Li te deja vini byen koni. Moun t ap di ke Jean Baptiste te gen tan leve soti nan lanmò, ki fè L vin gen pouvwa pou fè tout mirak sa yo.
MAR 6:15 Men lòt t ap di: “Li menm se Élie”. Lòt t ap di: “Li se yon pwofèt, kon youn nan ansyen pwofèt yo”.
MAR 6:16 Men lè Hérode te tande sa, Li t ap di: “Jean, tèt de sila ke m te fin koupe a, gen tan resisite!”
MAR 6:17 Paske se te Hérode menm ki te voye fè arete Jean, e li te mare l nan prizon pou koz Hérodias, madanm a frè li a, Philippe, akoz ke li te marye avè l.
MAR 6:18 Paske Jean t ap di a Hérode: “Li pa pèmèt pou ou gen madanm a frè ou”.
MAR 6:19 Konsa, Hérodias te gen yon kont avèk li, e te vle mete L a lanmò men l pa t kab fè l;
MAR 6:20 Paske Hérode te pè Jean, pwiske li te konnen ke li te yon nonm ladwati ki sen, e li te pwoteje l. Lè Hérode te konn koute l, li te konn byen twouble; men li te bay li plezi pou koute l.
MAR 6:21 Men yon jou okazyon an te vin parèt pandan fèt nesans Hérode. Li te ofri yon gwo fèt pou gwo chèf dirijan avèk kòmandan militè yo nan Galilée.
MAR 6:22 Lè fi a Hérodias la te vini pou kont li e te danse, li te fè Hérode kontan ak tout vizitè li yo nan fèt la. Konsa Wa a te di fi a: “Mande mwen nenpòt sa ou vle, e m ap bay ou li”.
MAR 6:23 Li te sèmante a li menm: “Nenpòt sa ou vle, m ap bay ou li, jiska mwatye wayòm mwen an”.
MAR 6:24 Konsa, li te ale deyò e te mande manman l: “Kisa mwen dwe mande?” Epi li te di l: “Tèt a Jean Baptiste”.
MAR 6:25 Lapoula, li te vini avèk vitès devan Wa a avèk yon demann. Li te di: “Mwen vle ke ou ban mwen koulye a menm, tèt a Jean Baptiste sou yon plato”.
MAR 6:26 Malgre ke Wa a te byen tris akoz sèman an, men akoz vizitè li yo, li pa t gen kouraj pou l refize l.
MAR 6:27 Imedyatman Wa a te voye yon gad avèk lòd pou vini avèk tèt li. Li te ale, e te fè yo koupe tèt li nan prizon an.
MAR 6:28 Konsa yo te pote tèt li sou yon plato pou te bay fi a, e fi a te bay li a manman l.
MAR 6:29 Lè disip li yo te tande sa, yo te vin pran kò l, e te mete l nan yon tonm.
MAR 6:30 Apòt yo te rasanble avèk Jésus. Yo te bay Li yon rapò de tout sa yo te fè ak sa yo te enstwi.
MAR 6:31 Li te di yo: “Vini apa pou kont nou nan yon plas apa pou pran yon ti repo”. Paske anpil moun t ap antre, sòti, e yo pa t menm gen tan manje.
MAR 6:32 Yo te kite la nan yon kannòt pou ale nan yon plas apa pou kont yo.
MAR 6:33 Konsa, lè pèp la te wè ke yo t ap prale, anpil moun te rekonèt yo. Yo te kouri jwenn yo apye, sòti nan tout vil yo, epi yo te rive avan yo.
MAR 6:34 Lè Jésus te rive atè, Li te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.
MAR 6:35 Lè li te deja byen ta, disip Li yo te vin kote Li. Yo te di: “Plas sa a byen izole, e li deja fin byen ta.
MAR 6:36 Voye yo ale pou yo kapab ale nan landwa pa yo avèk vil pa yo pou achte kèk manje pou tèt yo.”
MAR 6:37 Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Ou vle nou ale depanse de-san denye nan pen pou nou bay yo manje?”
MAR 6:38 Li te di yo: “Konbyen pen nou genyen? Al gade!” Lè yo konnen, yo di: “Senk pen ak de pwason”.
MAR 6:39 Konsa, Li te kòmande yo pou chita pa gwoup nan zèb vèt la.
MAR 6:40 Yo te chita pa gwoup de santèn, e pa gwoup de senkantèn.
MAR 6:41 Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.
MAR 6:42 Yo tout te manje, e yo te satisfè.
MAR 6:43 Yo te ranmase douz panyen byen plen avèk mòso kase yo; e anplis, pwason.
MAR 6:44 Te gen senk-mil mesye ki te manje pen yo.
MAR 6:45 Konsa, Jésus te fè disip Li yo antre nan kannòt la pou ale devan Li lòtbò vè Bethsaïda, pandan Li menm t ap voye foul la ale.
MAR 6:46 Lè Li fin di yo orevwa, Li te ale nan mòn nan pou priye.
MAR 6:47 Lè lannwit te rive, kannòt la te nan mitan lanmè a, e Jésus te atè pou kont Li.
MAR 6:48 Lè L te wè yo t ap fè fòs sou zaviwon yo akoz van an te kont yo, nan anviwon katriyèm è nan aswè, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a, kòmsi Li te gen entansyon ale devan pou kite yo dèyè.
MAR 6:49 Men lè yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te sipoze ke Li te yon fantom e yo te kriye fò;
MAR 6:50 pwiske yo tout te wè Li e yo te pè. Men nan moman sa a Li te pale avèk yo. Li te di yo: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
MAR 6:51 Li te antre nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi.
MAR 6:52 Akoz yo pa t reyisi gen okenn konprann nan afè pen yo, kè yo te di.
MAR 6:53 Lè yo te fin travèse lòtbò, yo te rive atè nan Génésareth e te mare kannòt la atè.
MAR 6:54 Nan moman yo te kite kannòt la, pèp la te rekonèt yo.
MAR 6:55 Konsa, pèp la te kouri toupatou nan tout peyi a, e te kòmanse pote sila ki te malad yo sou palèt nan plas kote Li te ye a.
MAR 6:56 Nenpòt kote Li te antre nan bouk ak gran vil oswa andeyò, yo t ap vin depoze moun malad nan mache yo pou sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò vètman Li, akoz tout moun ki te touche l t ap vin geri.
MAR 7:1 Farizyen yo avèk kèk nan skrib yo te antoure Jésus lè yo te sòti Jérusalem.
MAR 7:2 Lè yo te wè ke kèk nan disip Li yo t ap manje pen avèk men enpi, sa vle di, san lave,
MAR 7:3 (pwiske Farizyen yo avèk tout Jwif yo pa manje sof ke yo lave men yo kòrèk, pou obsève tradisyon a ansyen yo.
MAR 7:4 Lè yo sòti nan mache, yo pa manje sof ke yo gen tan benyen. Anplis yo gen anpil lòt bagay ke yo konn resevwa kon prensip, tankou lavaj a tas, avèk krich, ak po kwiv yo.)
MAR 7:5 Pou sa, Farizyen yo ak skrib yo te mande L: “Poukisa disip ou yo pa mache selon tradisyon ansyen yo, men manje pen avèk men ki pa lave?”
MAR 7:6 Li te reponn yo: “Byen jis Ésaïe te fè pwofesi sou nou kon ipokrit, lè li te ekri: ‘Pèp sa bay Mwen lonè avèk lèv yo, men kè yo lwen Mwen.
MAR 7:7 Men anven yo adore Mwen lè y ap enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.’
MAR 7:8 “Nou neglije kòmandman a Bondye yo, pou kenbe tradisyon a lòm yo—kon lavaj krich yo ak anpil lòt bagay”
MAR 7:9 Li t ap di yo anplis: “ Ak konesans nou mete kòmandman Bondye a akote, pou kenbe tradisyon pa nou yo.
MAR 7:10 Paske Moïse te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou’; epi ‘sila ki pale mal a papa li oswa manman li, fòk li mete a lanmò.’
MAR 7:11 “Men nou di: ‘Si yon nonm di a papa l, ni a manman l, nenpòt sa ke m genyen se Kòba’” (sa vle di, “bay a Bondye”),
MAR 7:12 “Nou pa pèmèt moun nan fè anyen ankò ni pou papa l, ni pou manman l.
MAR 7:13 Konsa nou fè pawòl Bondye a vin nil ak tradisyon ke nou transmèt a youn lòt. Nou fè anpil bagay konsa.”
MAR 7:14 Li te rele foul la kote Li ankò. Li te di yo: “Koute Mwen, nou tout, e konprann:
MAR 7:15 Nanpwen anyen deyò yon nonm k ap fè l sal, men se bagay ki sòti pa anndan yon nonm ki fè l sal.
MAR 7:16 Si yon moun gen zòrèy, kite li tande.”
MAR 7:17 Lè Li te kite foul la, Li te antre nan kay la. Disip Li yo te kesyone L sou parabòl sila a.
MAR 7:18 Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l,
MAR 7:19 paske sa pa antre nan kè l, men nan vant li epi li vin elimine?” (Konsa Li te deklare ke tout kalite manje pwòp.)
MAR 7:20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l.
MAR 7:21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè,
MAR 7:22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli.
MAR 7:23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”
MAR 7:24 Jésus te leve e te pati pou rejyon Tyr la. Lè Li te antre nan yon kay, Li pa t vle pèsòn konnen sa, men Li pa t kab evite atire atansyon.
MAR 7:25 Men lè yon fanm ak yon tifi ki te gen yon move lespri te tande de Jésus, li te vin kote L nan menm moman an, e te tonbe nan pye Li.
MAR 7:26 Alò, fanm sila a te yon moun etranje nan ras Siwofonisyèn. E li te kontinye mande L pou chase move lespri a sou pitit li a.
MAR 7:27 Jésus te di li: “Kite zanfan yo satisfè avan, paske li pa bon pou pran pen timoun yo pou jete l bay chen.”
MAR 7:28 Men fanm nan te reponn Li: “Wi Mèt, men menm ti chen anba tab yo manje ti mòso ke timoun yo lese tonbe yo.”
MAR 7:29 Konsa Li te di li: “Akoz repons sa a, al fè wout ou; move lespri a gen tan kite fi ou a.”
MAR 7:30 E lè fanm nan te retounen lakay li, li te twouve tifi a byen kouche sou kabann nan, e move lespri a te gen tan kite li.
MAR 7:31 Ankò Li te kite rejyon Tyr la, e te pase pa Sidon jiska lanmè Galilée a, nan rejyon Decapolis.
MAR 7:32 Yo te mennen bay Li yon moun ki te soud, ki te pale avèk anpil difikilte, e yo te sipliye L pou mete men Li sou li.
MAR 7:33 Jésus te mennen l apa gran foul la, e te mete dwat Li anndan zòrèy moun nan. Li te krache, e te touche lang li avèk krache a.
MAR 7:34 Pandan Li gade vè syèl la, Li te soupire byen fò, e te di li: “Ifafata!” Sa vle di “Ouvri!”
MAR 7:35 Konsa zòrèy li te louvri. Lang lou a te disparèt, e li te vin pale kon nòmal.
MAR 7:36 Li te bay yo lòd pou yo pa pale avèk pèsòn; men plis Li te bay lòd, plis yo te kontinye gaye nouvèl la toupatou.
MAR 7:37 Yo te vin etone nèt. Yo t ap di: “Li fè tout bagay byen. Li fè menm soud yo tande, e bèbè yo pale”.
MAR 8:1 Nan jou sa yo, lè te gen ankò yon gwo foul ki pa t gen anyen pou yo manje, Jésus te rele disip Li yo. Li te di yo:
MAR 8:2 “Mwen santi konpasyon pou foul la pwiske yo rete avèk Mwen koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje.
MAR 8:3 Si Mwen voye yo lakay yo grangou, y ap fennen nan wout la, e gen nan yo ki sòti yon bon distans.”
MAR 8:4 Disip Li yo te reponn Li: “Kote yon moun kapab jwenn ase pen isit la pou satisfè moun sa yo nan yon andwa izole konsa”?
MAR 8:5 Li te mande yo: “Konbyen mòso pen nou genyen?” Yo te di Li: “Sèt”.
MAR 8:6 Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la.
MAR 8:7 Anplis yo te genyen kèk ti pwason. Lè L fin beni yo, Li te kòmande sa yo anplis pou separe bay.
MAR 8:8 Yo te manje e yo te satisfè. Yo te ranmase sèt gwo panyen plen avèk mòso kase ki te rete.
MAR 8:9 Te gen anviwon kat mil ki te la. Konsa, Li te voye yo ale.
MAR 8:10 Nan menm moman sa a, Li te antre nan kannòt la avèk disip Li yo, pou te rive nan peyi yo rele Dalmanutha a.
MAR 8:11 Farizyen yo te parèt e yo te kòmanse diskite avè L. Yo te mande L yon sign ki sòti nan syèl la pou teste li.
MAR 8:12 Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.”
MAR 8:13 Lè L fin kite yo, Li te monte kannòt la pou te ale lòtbò.
MAR 8:14 Yo te bliye pran pen, e pa t gen plis ke yon mòso nan kannòt la avèk yo.
MAR 8:15 Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”
MAR 8:16 Konsa, yo te kòmanse diskite youn avèk lòt pwoblèm ke yo pa t gen pen an.
MAR 8:17 Jésus te konprann sa byen, e te di yo: “Poukisa nou ap pale afè pen an? Èske nou poko wè ni konprann? Èske nou gen kè di?
MAR 8:18 Malgre nou gen zye, èske nou pa wè? E malgre nou gen zòrèy, èske nou pa tande? E èske nou pa sonje
MAR 8:19 lè Mwen te kase senk pen yo pou senk mil moun, konbyen panyen plen avèk mòso kase nou te ranmase?” Yo te di Li: “Douz”.
MAR 8:20 “Epi lè Mwen te kase sèt pou kat mil moun yo, konbyen gwo panyen plen avèk mòso kase nou te ranmase?” Yo te di li: “Sèt”.
MAR 8:21 Li te mande yo: “Èske nou poko menm konprann?”
MAR 8:22 Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te touche l.
MAR 8:23 An pran mesye avèg la pa men li, Li te mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”
MAR 8:24 Konsa, li te leve tèt li gade e te di: “Mwen wè moun. Konsi mwen wè yo tankou pyebwa k ap mache toupatou.”
MAR 8:25 Ankò Li te mete men Li sou zye li. Li te gade byen fiks, e li te vin restore. Konsa, li te wè tout bagay byen klè.
MAR 8:26 Li te voye li lakay li e te di: “Pa menm antre nan vil la.”
MAR 8:27 Jésus te sòti avèk disip Li yo pou lantre nan vilaj Césarée Philippe. Sou wout la Li te diskite ak disip Li yo. Li te mande yo: “Kilès moun yo di ke Mwen ye?”
MAR 8:28 Yo te di Li: “Jean Baptiste, e kèk lòt Élie, men lòt, youn nan pwofèt yo”.
MAR 8:29 Li te kesyone yo plis; “Men kilès nou menm nou di ke Mwen ye?” Pierre te reponn e te di Li: “Ou menm se Kris la.”
MAR 8:30 Konsa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn anyen sou Li menm.
MAR 8:31 Li te kòmanse enstwi yo ke Fis a Lòm nan t ap oblije soufri anpil bagay, vin rejte pa ansyen yo avèk chèf prèt ak skrib yo, e touye. E apre twa jou, Li ta resisite ankò.
MAR 8:32 Li t ap pale bagay la byen klè. Konsa, Pierre te mennen L akote e te kòmanse repwoche L.
MAR 8:33 Men lè l te vire gade dèyè, Li te wè disip Li yo, e Li te repwoche Pierre, e te di l: “Mete ou dèyè M, Satan! Paske ou p ap mete panse ou sou enterè Bondye a, men enterè lòm.”
MAR 8:34 Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse a pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen.
MAR 8:35 Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.
MAR 8:36 “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tout lemonn men l pèdi nanm li?
MAR 8:37 Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.
MAR 8:38 “Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”
MAR 9:1 Jésus te di yo: “Anverite Mwen di nou, gen kèk moun nan sila ki kanpe la yo ki p ap goute lanmò jouk lè yo fin wè wayòm Bondye a rive avèk pouvwa.”
MAR 9:2 Sis jou pita, Jésus te pran avè L, Pierre, Jacques, avèk Jean, e te mennen yo sou yon mòn wo pou kont yo. La, devan yo, Li te transfòme nan yon lòt fòm.
MAR 9:3 Rad Li yo te vin klere jis yo blanchi nèt, blanch kon okenn moun k ap fè lesiv nan mond sa a, pa t janm kab fè.
MAR 9:4 Konsa, Élie ak Moïse te parèt devan yo ansanm, e yo t ap pale avèk Jésus.
MAR 9:5 Pierre te reponn pou di Jésus: “Mèt, se bon pou nou isit la; annou fè twa tabènak, youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Élie.”
MAR 9:6 Paske li pa t konnen ki repons pou bay, akoz kè yo te plen avèk laperèz.
MAR 9:7 Konsa, yon nwaj te fòme ki te vin mete yo nan fon lonbraj, e yon vwa te vin sòti nan nwaj la, “Sa se Fis Mwen; koute Li!”
MAR 9:8 Nan menm moman sa a, yo te gade toupatou e pa t wè pèsòn avèk yo ankò, sof ke Jésus sèl.
MAR 9:9 Pandan yo t ap desann mòn nan, Li te bay yo lòd pou pa di pèsòn sa yo te wè a, jouk lè ke Fis a Lòm nan ta leve soti nan lanmò.
MAR 9:10 Yo te reflechi anpil sou pawòl sa a, e te diskite youn avèk lòt sou sa sa vle di: “leve soti nan lanmò a”.
MAR 9:11 Yo te mande Li: “Poukisa skrib yo di ke Élie oblije vini avan an?”
MAR 9:12 Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?
MAR 9:13 Men Mwen di nou Élie vrèman gen tan vini, e yo te fè l sa ke yo te pito, jan ke sa ekri sou li a.”
MAR 9:14 Lè yo te retounen kote disip yo, yo te wè yon gwo foul ki te antoure yo, e kèk skrib ki t ap diskite avèk yo.
MAR 9:15 Imedyatman, lè tout foul la te wè Li, yo te etone, e yo te kouri vini salye Li.
MAR 9:16 E Li te mande yo: “Kisa nou ap diskite avèk yo la a?”
MAR 9:17 Epi yon moun nan foul la te reponn Li: “Mèt, mwen te pote bay Ou fis Mwen an, ki gen yon move lespri ki fè l bèbè;
MAR 9:18 epi lè li sezi l, li voye li atè. Li kimen nan bouch e manje dan l; kò li vin tou rèd. Mwen te pale disip Ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”
MAR 9:19 Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”
MAR 9:20 Yo te pote gason an kote Li. E lè li te wè L, lapoula lespri a te jete li nan yon gwo kriz. Li te tonbe atè, te kòmanse woule toupatou e kimen nan bouch.
MAR 9:21 Jésus te mande papa li: “Depi kilè bagay sa a konn rive li?” Li te di: “Depi li timoun.
MAR 9:22 Souvan li konn voye li ni nan dlo, ni nan dife pou l detwi l. Men si Ou kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, e ede nou!”
MAR 9:23 Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”
MAR 9:24 Konsa, papa a tigason an te kriye fò e te di: “Mwen kwè; ede enkredilite Mwen an.”
MAR 9:25 Lè Jésus te wè yon foul moun t ap rasanble, Li te reprimande move lespri a. Li te di L: “Ou menm lespri soud e bèbè, Mwen kòmande ou, sòti nan li, e pa antre nan li ankò.”
MAR 9:26 Lè lespri a fin kriye fò, e jete li nan gwo kriz tèrib, li te sòti. Ti gason an te tèlman parèt kon yon kadav, ki te fè pi fò nan yo te di: “Li mouri!”
MAR 9:27 Men Jésus te pran li pa men li, te leve l, e Li te kanpe.
MAR 9:28 Lè Li te vini nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”
MAR 9:29 Li te di yo: “Kalite sila a p ap kab sòti pa anyen, sof ke lapriyè.”
MAR 9:30 Depi la yo te ale pase nan tout Galilée, e Li pa t vle ke pèsòn konnen anyen sou sa.
MAR 9:31 Paske Li t ap enstwi disip Li yo e t ap di yo: “Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm, e yo va touye Li. Epi lè Li fin touye, L ap resisite ankò twa jou pita.”
MAR 9:32 Men yo pa t konprann pawòl sila a, e yo te pè mande L.
MAR 9:33 Yo te vini Capernaüm, e lè Li te nan kay la, Li te kòmanse kesyone yo: “De kisa nou t ap diskite nan wout la?”
MAR 9:34 Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran.
MAR 9:35 Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”
MAR 9:36 Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo:
MAR 9:37 “Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”
MAR 9:38 Jean te di Li: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase move lespri yo nan non Ou, e nou te eseye fè l sispann, paske li pa t ap swiv nou.”
MAR 9:39 Men Jésus te di: “Pa anpeche li, paske pa gen moun k ap fè yon mirak nan non Mwen, e apre byen vit ki ka pale mal de Mwen.
MAR 9:40 Paske sila ki pa kont nou an, li pou nou.
MAR 9:41 Paske nenpòt moun ki bay nou yon tas dlo pou bwè akoz nou nan Kris yo, anverite Mwen di nou, li p ap pèdi rekonpans li.
MAR 9:42 “Nenpòt moun ki fè youn nan pitit sa yo ki kwè vin chape tonbe, li t ap pi bon pou li si yo te mete yon gwo wòch moulen nan kou li, e jete l nan lanmè.
MAR 9:43 “Si men nou fè nou chape tonbe, koupe l nèt; li pi bon pou nou ta antre nan lavi kokobe, pase avèk de men, pou nou ta jete nan twou san fon an, nan lanfè ki “pa kapab etenn nan,
MAR 9:44 ‘kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.’
MAR 9:45 “E si pye nou fè nou chape tonbe, koupe li nèt; li pi bon pou nou antre nan lavi bwete, pase genyen tou de pye nou, e vin jete nan lanfè,
MAR 9:46 kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.
MAR 9:47 “Si zye nou fè nou chape tonbe, retire li jete; li pi bon pou nou antre nan wayòm Bondye a avèk yon sèl zye, pase jete nan lanfè avèk de zye.
MAR 9:48 Kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.
MAR 9:49 “Paske tout moun va vin sale ak dife, e chak sakrifis ap sizonnen ak sèl.
MAR 9:50 “Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”
MAR 10:1 Lè l leve, Li te kite la pou landwa Juda a, ak lòtbò Jourdain an. Foul yo te antoure Li ankò, e selon koutim Li, Li te kòmanse enstwi yo ankò.
MAR 10:2 Kèk Farizyen te vin kote L pou sonde L, e te kesyone L pou si li te pèmi pou yon mesye divòse ak madanm li.
MAR 10:3 Konsa, Li te reponn li e te di: “Kisa Moïse te kòmande nou?”
MAR 10:4 Yo te di: “Moïse te bay dwa pou yon mesye ekri yon sètifika pou l divòse ak li, epi voye l ale.”
MAR 10:5 Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a.
MAR 10:6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl.
MAR 10:7 Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li,
MAR 10:8 epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè.
MAR 10:9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”
MAR 10:10 Anndan kay la, disip yo te kesyone Li ankò.
MAR 10:11 E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li.
MAR 10:12 E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”
MAR 10:13 Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.
MAR 10:14 Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo.
MAR 10:15 Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”
MAR 10:16 Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.
MAR 10:17 Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?”
MAR 10:18 Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl.
MAR 10:19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”
MAR 10:20 Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”
MAR 10:21 Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”
MAR 10:22 Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.
MAR 10:23 Jésus te gade toupatou e te di a disip li yo: “Ala sa ap difisil pou sila ki gen anpil richès antre nan wayòm Bondye a!”
MAR 10:24 Disip Li yo te etone de pawòl Li yo. Men Jésus te reponn yo ankò e te di yo: “Zanfan yo, ala sa difisil pou antre nan wayòm Bondye a!
MAR 10:25 L ap pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
MAR 10:26 Yo te menm pi etone. Yo te di l: “Ebyen, kilès ki kab sove?”
MAR 10:27 Tou ap gade yo Jésus te di: “Avèk moun, sa pa posib, men li pa konsa avèk Bondye. Paske tout bagay posib avèk Bondye.”
MAR 10:28 Pierre te kòmanse di L: “Gade, nou gen tan kite tout bagay e te swiv Ou.”
MAR 10:29 Jésus te di: “Anverite Mwen di nou, ‘Nanpwen pèsòn ki kite kay li, oswa frè li, oswa sè li ak pitit li, ni manman ni papa, oswa jaden li pou koz Mwen ak pou koz levanjil la,
MAR 10:30 men ke l ap resevwa san fwa plis koulye a, nan tan sila a, kay, frè, sè ansanm avèk pèsekisyon yo; e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.
MAR 10:31 Men anpil moun ki premye ap vin dènye; e dènye yo va vin premye.
MAR 10:32 Yo te sou wout la pou ale Jérusalem e Jésus t ap mache pi devan yo. Yo te etone, e sila ki te swiv yo te pè anpil. Ankò Li te rele douz yo akote e te kòmanse di yo kisa ki ta vin rive Li.
MAR 10:33 “Byen gade, nou ap monte Jérusalem. Fis a Lòm nan va livre a chèf prèt yo avèk skrib yo. Yo va kondane Li a lanmò, e yo va livre li a payen yo.
MAR 10:34 Epi y ap moke L, krache sou Li, bay Li gwo kout fwèt, e touye L. Twa jou pita, L ap resisite.”
MAR 10:35 Jacques, Jean, avèk de fis Zébédée yo te vin kote L. Yo te di L: “Mèt, nou vle ke Ou fè pou nou nenpòt sa ke nou mande Ou”.
MAR 10:36 Li te di yo: “Kisa nou vle M fè pou nou”?
MAR 10:37 Yo te di L: “Bannou dwa pou nou kapab chita nan glwa Ou, youn sou bò dwat Ou, e youn sou bò gòch Ou nan glwa Ou.”
MAR 10:38 Men Jésus te di yo: “Nou pa konnen sa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke M ap bwè a, oubyen batize avèk batèm ke Mwen ap batize a?”
MAR 10:39 Yo te di L: “Nou kapab”. Jésus te reponn yo: “Tas ke M ap bwè a, nou ap bwè. Epi nou ap batize avèk menm batèm ke M ap batize a.
MAR 10:40 Men pou chita bò dwat Mwen, oubyen bò gòch Mwen an, sila a se pa pa M nan pou M ta bay, men se pou sila ke li te prepare yo.”
MAR 10:41 Lè yo tande sa, dis lòt yo te kòmanse santi ke yo te mekontan avèk Jacques ak Jean.
MAR 10:42 Konsa, Jésus te rele yo a Li menm. Li te di yo: “Nou konnen ke sila ki rekonèt kon chèf pami payen yo domine sou yo, epi gwo chèf yo egzèse otorite sou yo.
MAR 10:43 Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou.
MAR 10:44 Nenpòt moun ki vle premye pami nou, va vin esklav a nou tout.
MAR 10:45 Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”
MAR 10:46 Konsa yo te rive Jéricho. E pandan Li t ap kite Jéricho avèk disip Li yo, ansanm ak yon gwo foul la, yon avèg ki t ap mande, ki te rele Bartimée, fis a Timée, te chita akote wout la.
MAR 10:47 Lè l tande ke se te Jésus, Nazareyen an, li te kòmanse kriye fò e te di: “Jésus, Fis a David la, gen pitye pou mwen!”
MAR 10:48 Konsa, anpil moun t ap pale ak li sevèman pou li ta pe la, men li te kriye pi fò: “Fis a David la: gen pitye pou mwen!”
MAR 10:49 Konsa, Jésus te rete la, e te di: “Rele Li.” Yo te rele avèg la. Yo te di l: “Pran kouraj! Leve kanpe! L ap rele ou!”
MAR 10:50 Li te jete akote gwo vètman li, te vòltije kanpe byen vit, e te rive kote Jésus.
MAR 10:51 Jésus te reponn li, e te di l: “Kisa ou vle M fè pou ou?” Mesye avèg la te di L: “Rabouni (ki vle di Mèt), mwen vle wè ankò!”
MAR 10:52 Jésus te di l: “Ale! Lafwa ou fè ou geri.” Lapoula, li te wè ankò, e li t ap swiv Li sou wout la.
MAR 11:1 Pandan yo t ap pwoche Jérusalem, nan Bethphagé avèk Béthanie, toupre mòn Oliv la, Li te bay komisyon a de nan disip Li yo.
MAR 11:2 Li te di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Pandan n ap antre, nou ap twouve yon ti bourik mare, ki poko menm monte. Demare li e mennen l isit la.
MAR 11:3 Si yon moun di nou: ‘Poukisa n ap fè sa?’, di l: ‘Senyè a gen bezwen li’. Konsa, l ap voye l vini isit la.”
MAR 11:4 Yo te ale, e te twouve yon ti bourik mare toupre pòt la, deyò nan lari a, e yo te demare li.
MAR 11:5 Konsa, kèk nan sila ki te la yo t ap di yo: “Kisa nou ap fè la a? N ap demare ti bourik la?”
MAR 11:6 Yo te pale yo jan Jésus te di a, e yo te bay yo dwa pran l.
MAR 11:7 Yo te pote ti bourik la bay Jésus. Yo te mete vètman yo sou li, e Li te chita sou li.
MAR 11:8 Konsa, anpil moun te tann vètman yo sou wout la, e lòt t ap poze branch fèy yo te koupe nan chan sou wout la.
MAR 11:9 Sila ki te ale devan yo ak sila ki t ap swiv yo, t ap kriye fò: “Ozana! Beni se Sila a ki vini nan non SENYÈ a!
MAR 11:10 Beni se wayòm zansèt nou David, k ap vini an! Ozana nan pi wo a!”
MAR 11:11 Jésus te antre Jérusalem e te antre nan tanp lan. Lè Li te fin gade sou tout bagay, Li te kite la pou Béthanie avèk douz yo akoz ke lè a te deja fè ta.
MAR 11:12 Nan demen, lè yo te kite Béthanie, Li te vin grangou.
MAR 11:13 Li te wè nan distans, yon pye fig etranje avèk tout fèy yo. Li te ale pou wè si petèt li t ap twouve kèk bagay sou li. Lè l rive, li pa t twouve anyen sof ke fèy yo, paske li pa t nan sezon fwi.
MAR 11:14 E Li te pale a li: “Ke pèsòn pa janm manje fwi ki sòti nan ou ankò!” E disip Li yo te tande l.
MAR 11:15 Konsa yo te rive Jérusalem. Li te antre nan tanp lan e te kòmanse voye deyò sila ki t ap achte ak vann nan tanp lan. Li te chavire tab a sila ki t ap chanje lajan yo ak chèz a sila ki t ap vann toutrèl yo.
MAR 11:16 Li pa t ap kite pèsòn pase nan tanp lan ki pote yon chaj.
MAR 11:17 Li te kòmanse pale ak yo. Li te di yo: “Èske li pa ekri: ‘Lakay Mwen an ap rele yon Kay Lapriyè pou tout nasyon yo’? Men nou fin fè l vin yon kav kote vòlè kache.”
MAR 11:18 Chèf prèt yo avèk skrib yo te tande, e yo te kòmanse ap chèche jan pou detwi Li. Paske yo te pè Li akoz tout foul la te etone pa prensip ke Li te bay yo.
MAR 11:19 Lè aswè te rive, Li te kite vil la.
MAR 11:20 Pandan yo t ap pase lantre nan granmmaten, yo vin wè ke pye fig etranje a te seche jis rive nan rasin.
MAR 11:21 Konsa, Pierre te sonje, e te di Li: “Rabbi, gade pye fig frans ke Ou te modi a gen tan vin sèch”.
MAR 11:22 Jésus te reponn e te di yo: “Mete lafwa nan Bondye.
MAR 11:23 Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive.
MAR 11:24 Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.
MAR 11:25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo.
MAR 11:26 Men si nou pa padone, Papa nou nan syèl la p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”
MAR 11:27 Konsa, yo te rive ankò Jérusalem. E pandan Li t ap mache nan tanp lan, chèf prèt yo avèk skrib yo ak ansyen yo te vin kote L.
MAR 11:28 Yo te di L: “Pa ki otorite W ap fè bagay sa yo; oubyen kilès ki te bay Ou otorite sa a pou fè bagay sa yo?”
MAR 11:29 Jésus te di yo: “M ap poze nou yon kesyon, e nou va reponn Mwen; epi konsa, Mwen menm, M ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo.
MAR 11:30 Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oubyen nan lòm? Reponn Mwen.”
MAR 11:31 Yo te rezone pami yo menm pou di: “Si nou di ‘nan syèl la’, l ap di poukisa nou pa t kwè li?
MAR 11:32 Men si nou di de lòm?” Konsa, yo te pè foul la, paske tout moun te konsidere ke Jean te vrèman yon pwofèt.
MAR 11:33 Yo te reponn Jésus e te di: “Nou pa konnen”. Konsa, Jésus te di yo: “Nonplis, Mwen p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo”.
MAR 12:1 Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi.
MAR 12:2 Nan lè rekòlt la, li te voye yon esklav li kote kiltivatè yo pou l ta kapab resevwa kèk nan pwodwi jaden an nan men a kiltivatè yo.
MAR 12:3 Konsa, yo te pran li, yo te bat li, e te voye li ale men vid.
MAR 12:4 Ankò li te voye yon lòt esklav. Yo te blese li nan tèt, e te maltrete l byen maltrete.
MAR 12:5 Epi li voye yon lòt. Sila a yo te touye. E anpil lòt; kèk yo te bat, e kèk yo te touye.
MAR 12:6 “Li te gen youn anplis, yon fis byeneme. Konsa, an dènye lye, li te voye li bay yo. Li te di: ‘Yo va respekte fis mwen an’.
MAR 12:7 “Men kiltivatè rezen sa yo te di youn ak lòt: ‘Sa se eritye a; vini, annou touye l e jete l deyò jaden an, e eritaj la ap vin pou nou!’
MAR 12:8 Epi yo te pran li, yo te touye li, e te jete li deyò jaden an.
MAR 12:9 “Kisa mèt jaden an ap fè? Li va vin detwi kiltivatè rezen yo, e li va bay jaden an a lòt moun.
MAR 12:10 Èske nou pa t menm li Ekriti sila a?: ‘Wòch ke moun ki t ap bati yo te refize a; sila a te devni wòch ang prensipal la.
MAR 12:11 Sa te vin rive soti nan Bondye, e se yon mèvèy nan zye nou.’?”
MAR 12:12 Konsa, yo t ap chache sezi li; malgre yo te pè foul la, paske yo te konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm. Konsa, yo te kite Li e te ale.
MAR 12:13 Yo te voye kèk nan Farizyen yo ak Ewodyen yo kote Li, pou yo ta kapab pran l nan pèlen avèk pwòp pawòl Li.
MAR 12:14 Yo te vini, e te mande L: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite a, e Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite: Èske li pèmi pou peye taks a César; wi, oubyen non?
MAR 12:15 “Èske n ap peye, oubyen èske nou p ap peye?” Men Li menm ki te konnen se ipokrit yo t ap fè, Li te di yo: “Poukisa nou ap tante Mwen? Pote ban m yon denye (kòb jounalye peyi a) pou M gade l.”
MAR 12:16 Epi yo te pote l. Li te di yo: “Se imaj ak non a ki moun ki la a?” Yo te di Li: “Se pou César”.
MAR 12:17 Konsa, Jésus te di yo: “Bay César bagay sila a ki pou César yo, e a Bondye bagay ki pou Bondye yo.” E yo te etone de Li menm.
MAR 12:18 Alò, Sadiseyen yo, ki di ke nanpwen rezirèksyon, te vin kote L e te kesyone L. Yo te di:
MAR 12:19 “Mèt, Moïse te ekri pou nou ke ‘Si frè a yon nonm mouri, e kite dèyè l madanm li, san li pa gen pitit, ke frè l la dwe pran madanm nan pou fè yon eritye pou frè li a.’
MAR 12:20 Te gen sèt frè; epi premye a te pran yon madanm, e li te mouri san fè eritye.
MAR 12:21 Epi dezyèm nan te pran l, e te mouri san kite eritye; epi twazyèm nan menm jan an,
MAR 12:22 Epi menm jan an tout sèt yo, san kite eritye. An dènye lye, fanm nan te mouri tou.
MAR 12:23 Nan rezirèksyon an, lè yo leve ankò, se madanm a kilès l ap ye? Paske tout sèt yo te genyen l kòm madanm.”
MAR 12:24 Jésus te di yo: “Èske se pa pou rezon sa a ke nou twonpe nou an; paske nou pa konprann ni Ekriti yo ni pouvwa Bondye?
MAR 12:25 Paske lè yo leve soti nan lanmò, yo p ap marye, ni bay moun nan maryaj, men yo ap tankou zanj nan syèl yo.
MAR 12:26 Men konsènan fè ke mò yo leve ankò a, èske nou pa t li nan pasaj liv Moïse la, devan ti bwa brile a, ke Bondye te pale l e te di l: ‘Mwen menm se Bondye Abraham nan, Bondye Isaac ak Bondye Jacob la’?
MAR 12:27 “Li pa Bondye a mò yo, men a vivan yo. Nou menm nou byen twonpe nou.”
MAR 12:28 Youn nan skrib yo te vini e te tande y ap diskite. Akoz ke li te konprann ke Li te reponn yo byen, li te mande L: “Ki kòmandman ki pi enpòtan an?”
MAR 12:29 Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a.
MAR 12:30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’
MAR 12:31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”
MAR 12:32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm.
MAR 12:33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen tankou tèt nou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”
MAR 12:34 Lè Jésus te wè ke li te reponn avèk bon konprann, Li te di li: “Ou pa lwen wayòm Bondye a”. Apre sa, pèsòn pa t tante poze Li okenn lòt kesyon.
MAR 12:35 Jésus te kòmanse di pandan Li t ap enstwi nan tanp lan: “Kijan sa rive ke skrib yo di ke Kris la se fis a David la?
MAR 12:36 Menm David te di nan Lespri Sen an: ‘Senyè a te di a Senyè Mwen an, chita sou men dwat Mwen, jouk lè ke M mete tout lènmi Ou yo anba pye Ou.’
MAR 12:37 “David li menm rele Li ‘Senyè’, e nan ki sans Li kapab fis Li?” Gwo foul pèp la te kontan tande Li.
MAR 12:38 Nan enstriksyon Li, Li t ap di: “Fè atansyon kont skrib yo ki renmen mache toupatou ak gwo vètman, e ki renmen resevwa salitasyon ak respè nan mache a,
MAR 12:39 ak premye plas nan sinagòg yo, ak pozisyon lonè nan bankè yo,
MAR 12:40 ki devore kay vèv yo, e pou parèt byen, yo fè gwo priyè. Sila yo ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.”
MAR 12:41 Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann.
MAR 12:42 Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.
MAR 12:43 Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a.
MAR 12:44 Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen pou li viv.”
MAR 13:1 Pandan Li t ap sòti nan tanp lan, youn nan disip Li yo te di Li: “Mèt, gade! A la bèl wòch, e a la bèl konstriksyon!”
MAR 13:2 Jésus te di li: “Ou wè gwo konstriksyon sa yo? Pa menm yon wòch va rete sou yon lòt ki p ap dekonble.”
MAR 13:3 Pandan Li te chita sou Mòn Oliv la, anfas tanp lan, Pierre avèk Jacques e Jean ak André t ap kesyone L an prive.
MAR 13:4 “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e kisa k ap yon sign pou lè tout bagay sa yo va akonpli.”
MAR 13:5 Epi Jésus te kòmanse di yo: “Veye ke pèsòn pa mete nou nan erè.
MAR 13:6 Anpil va vini nan non Mwen, e y ap di: ‘Mwen se Li menm!’ Y ap mennen nou nan anpil erè.
MAR 13:7 Lè nou tande afè lagè ak bwi lagè, pa enkyete nou. Fòk sa fèt, men se pa lafen.
MAR 13:8 Paske nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. Va gen tranbleman de tè nan plizyè andwa. Va gen famin ak twoub. Bagay sa yo se kòmansman a doulè nesans lan.
MAR 13:9 “Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm.
MAR 13:10 Men premyèman, fòk bòn nouvèl la preche a tout nasyon yo.
MAR 13:11 “Lè yo arete nou, e livre nou, pa enkyete nou an avans pou sa ke nou va di, men di nenpòt sa ke nou resevwa nan lè sa a. Paske se pa nou k ap pale, men Lespri Sen an.
MAR 13:12 “Konsa, frè va livre frè a lanmò, e yon papa, pitit li. Pitit yo va leve kont paran yo, e fè mete yo a lanmò.
MAR 13:13 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.
MAR 13:14 “Men lè nou wè Abominasyon Dezolasyon an, sila ke Daniel te pale a, k ap kanpe kote li pa ta dwe ye,” (ke sila k ap li sa a konprann), “alò, kite sila ki nan Juda yo kouri ale nan mòn yo.
MAR 13:15 Epi kite sila ki sou do kay yo pa desann antre ladann pou pran anyen nan kay la.
MAR 13:16 Epi kite sila ki nan chan an pa retounen pran vètman li.
MAR 13:17 Men malè a sila avèk pitit nan vant yo, ak sila ki nouris nan jou sa yo.
MAR 13:18 “Men priye ke sa pa rive nan sezon fwedi.
MAR 13:19 Paske jou sa yo va yon tribilasyon ki pa janm konn fèt depi kòmansman kreyasyon an ke Bondye te fè, jouk rive koulye a e ki p ap janm fèt ankò.
MAR 13:20 “Anmwens ke Bondye te fè jou sa yo pi kout, nanpwen lavi ki t ap sove. Men pou koz a eli ke Li te chwazi yo, Li te fè jou yo vin pi kout.
MAR 13:21 E alò, si nenpòt moun ta di nou: “Men Kris la isit la”, oubyen: “Gade, Li la”; pa kwè li.
MAR 13:22 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo va parèt, e va montre nou sign ak mèvèy jis, si te posib, pou sedwi menm eli yo.
MAR 13:23 Men fè atansyon, gade byen, Mwen te di nou tout bagay davans.
MAR 13:24 “Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè.
MAR 13:25 Epi zetwal yo va ap tonbe soti nan syèl la, e pouvwa ki nan syèl yo va sekwe nèt.
MAR 13:26 “Nan lè sa a yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan nyaj yo avèk gwo pouvwa avèk glwa.
MAR 13:27 Li va voye zanj Li yo, e yo va ranmase tout eli Li yo, soti nan kat van yo, jis rive nan pwent tè ki pi lwen an, jouk nan pwent syèl ki pi lwen an.
MAR 13:28 “Alò, konprann parabòl de pye fig etranje a. Lè branch li vin vèt, e l ap pouse fèy, nou konnen ke gran sezon an prèt pou rive.
MAR 13:29 Menm jan an nou menm, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke Li menm Li prè, Li nan pòt la menm.
MAR 13:30 Anverite Mwen di nou, jenerasyon sila p ap gen tan pase jouk lè ke tout bagay sa yo fèt.
MAR 13:31 Syèl la ak latè ap pase, men pawòl pa M yo p ap pase.
MAR 13:32 “Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
MAR 13:33 Fè atansyon, rete vijilan, paske nou pa konnen lè a.
MAR 13:34 Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.
MAR 13:35 “Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten;
MAR 13:36 sof ke li ta vini sibitman, e twouve nou nan dòmi.
MAR 13:37 E sa ke Mwen di nou an, Mwen di li a tout moun: “Rete vijilan!”
MAR 14:1 Alò, Pak Jwif la avèk Pen San Ledven an, t ap fète nan de jou. Konsa, chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan pou yo ta sezi L pa riz pou touye Li.
MAR 14:2 Paske yo t ap di: “Pa pandan fèt la, otreman sa kab fè pèp la fè twoub.”
MAR 14:3 Pandan Li te Béthanie lakay Simon, lepre a, e yo te chita sou tab la, yon fanm te vini avèk yon bokal alabat ranpli avèk nard, ki te koute byen chè. Fanm nan te kraze bokal la, e te vide li sou tèt Jésus.
MAR 14:4 Men kèk moun te mekontan e te pale youn ak lòt: “Poukisa l ap gaspiye pafen sila a?
MAR 14:5 Paske pafen sila a ta kapab vann pou plis ke twa san denye (fòs kòb yon jou travay) e li ta kab bay a malere yo.” E yo t ap kritike l.
MAR 14:6 Men Jésus te di: “Lese li. Poukisa nou ap twouble li? Li fè M yon bon zèv.
MAR 14:7 Paske malere yo ap toujou la avèk nou, e nenpòt lè nou vle, nou kapab fè byen pou yo; men Mwen menm, M p ap la tout tan.
MAR 14:8 Li fè sa li ta kapab. Li te fè onksyon kò M davans, pou lantèman an.
MAR 14:9 Anverite Mwen di nou: Nenpòt kote ke bòn nouvèl la ta preche nan tout lemonn, sa ke fanm sa a fè a, li va pale nan memwa li.”
MAR 14:10 Judas Iscariot, ki te youn nan douz yo, te ale bò kote chèf prèt yo pou li ta kapab trayi Jésus a yo menm.
MAR 14:11 Yo te kontan lè yo te tande sa, e te pwomèt li lajan. Konsa, li t ap chache kijan pou trayi Li nan yon moman favorab.
MAR 14:12 Nan premye jou Pen San Ledven an, lè jenn mouton Pak la t ap touye kon sakrifis la, disip Li yo te di Li: “Kote Ou vle nou ale fè preparasyon pou Ou kapab manje Pak la?”
MAR 14:13 Li te voye de nan disip Li yo. Li te di yo: “Antre nan vil la, e yon mesye k ap pote yon krich dlo ap rankontre nou. Swiv li.
MAR 14:14 Epi nenpòt kote li antre, di a mèt kay la: Mèt la mande: ‘Kote chanm vizitè Mwen an, pou M kab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’
MAR 14:15 Li menm va montre nou yon gran chanm anlè, byen founi e prè. Prepare pou nou la.”
MAR 14:16 Konsa, disip yo te sòti e te vini nan vil la. Yo te twouve l jan ke Li te eksplike yo a. Konsa, yo te prepare Pak la la.
MAR 14:17 Lè li te fènwa, li te vini avèk douz yo.
MAR 14:18 Pandan yo te chita a tab e t ap manje, Jésus te di: “Anverite, Mwen di nou ke youn nan nou va trayi Mwen; li menm k ap manje avè M.”
MAR 14:19 Yo te kòmanse tris. Yo t ap mande Li youn pa youn: “Asireman se pa mwen!”
MAR 14:20 Li te di yo: “Se youn nan douz yo; youn ki tranpe manje l nan veso ansanm avè M nan.
MAR 14:21 Paske Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke sa ekri sou Li a; men malè a nonm sa a, pa li menm Fis a Lòm nan trayi a. Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
MAR 14:22 Pandan yo t ap manje, Li te pran pen an, e apre yon benediksyon, Li te kase li, te bay yo, e te di: “Pran sa; se kò Mwen.”
MAR 14:23 Li te pran yon tas, te bay gras, e Li te bay yo li. Yo tout te bwè ladann.
MAR 14:24 Konsa Li te di yo: “Sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun.
MAR 14:25 Anverite Mwen di nou, Mwen p ap janm bwè fwi rezen ankò jouk jou ke M bwè l de nouvo nan wayòm Bondye a.”
MAR 14:26 Apre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.
MAR 14:27 Jésus te di yo: “Akoz Mwen menm, nou tout va fè lachit aswè a; paske sa ekri: ‘Mwen va frape bèje a atè, e mouton yo va gaye’.
MAR 14:28 “Men apre M fin leve, M ap prale devan nou Galilée.”
MAR 14:29 Men Pierre te di Li: “Menm si tout moun chite; mwen menm, m p ap fè sa.”
MAR 14:30 Jésus te di l: “Anverite, Mwen di ou, ke, nan menm nwit sa a, ou va nye Mwen twa fwa avan kòk la gen tan chante de fwa.”
MAR 14:31 Men Pierre te kontinye pèsiste: “Menm si mwen oblije mouri avè Ou, Mwen p ap nye Ou.” Konsa, yo tout t ap di menm bagay la tou.
MAR 14:32 Yo te vini nan yon plas yo te rele Gethsémané. Li te di disip Li yo: “Chita isit la jouk lè ke M fin priye.”
MAR 14:33 Li te pran avè L Pierre, Jacques, ak Jean, e Li te kòmanse trè enkyete, e twouble.
MAR 14:34 Li te di yo: “Nanm Mwen gen yon tristès pwofon; jis nan pwen pou M mouri. Rete la e veye toujou.”
MAR 14:35 Li te ale yon ti kras pi devan, te tonbe atè e te kòmanse priye pou, si se te posib, pou lè sa a ta kapab pase de Li.
MAR 14:36 Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”
MAR 14:37 Li vini e twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Simon, èske w ap dòmi? Èske ou pa t kapab rete veye pou yon sèl èdtan?
MAR 14:38 Kontinye veye e priye pou ou pa antre nan tantasyon. Lespri a dispoze, men chè a fèb.”
MAR 14:39 Konsa, yon lòt fwa Li te ale priye, e te di menm mo yo.
MAR 14:40 Ankò, Li te vini e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. Ni yo pa t konnen kisa pou yo ta di Li.
MAR 14:41 Li te vini yon twazyèm fwa e te di yo: “ Dòmi toujou e pran repo nou. Sa sifi. Lè a fin rive. Gade, Fis a Lòm nan ap trayi pou rive nan men pechè yo.
MAR 14:42 Leve! An ale nou! Gade, sila a ki trayi M nan parèt.”
MAR 14:43 Nan menm moman an, pandan Li toujou t ap pale, Judas, youn nan douz yo, te vin parèt, akonpanye pa yon foul avèk nepe ak baton ki te sòti nan chèf prèt yo, avèk skrib yo, ak ansyen yo.
MAR 14:44 Alò, sila ki t ap trayi Li a, te bay yo yon siyal lè l te di: “Nenpòt moun ke m bo, se Li menm. Sezi Li e mennen Li ale anba gad yo.”
MAR 14:45 Lè l rive, l ale lapoula bò kote Li, e te di: “Mèt!”, e te bo Li.
MAR 14:46 Yo te mete men sou Li e te sezi Li.
MAR 14:47 Men yon sèten mesye nan sila ki te kanpe la yo te rale nepe li. Li te frape esklav a wo prèt la, e te koupe retire zòrèy li.
MAR 14:48 Jésus te reponn e te di yo: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta kab kont yon vòlè?
MAR 14:49 Chak jou Mwen te avèk nou nan tanp lan ap enstwi, e nou pa t janm sezi M. Men sa fèt pou Ekriti yo kapab akonpli.”
MAR 14:50 Konsa, yo tout te kouri kite Li.
MAR 14:51 Yon sèten jennonm t ap swiv Li, abiye sèl ak yon dra lèn ki kouvri kò l toutouni. Jennom yo te sezi li,
MAR 14:52 men li te rale kò l pou l kite dra a, e chape toutouni.
MAR 14:53 Yo te mennen Jésus ale vè wo prèt la. Tout chèf prèt avèk ansyen yo, ak skrib yo te reyini ansanm.
MAR 14:54 Pierre te swiv Li a yon distans, jouk L antre nan lakou wo prèt la. Li te chita avèk ofisye yo e t ap chofe kò li bò kote dife a.
MAR 14:55 Alò, chèf prèt yo avèk tout konsèy la t ap eseye twouve temwayaj kont Jésus, pou mete L a lanmò. Men yo pa t twouve anyen.
MAR 14:56 Paske anpil t ap bay fo temwayaj kont Li, men temwayaj yo pa t koresponn.
MAR 14:57 Kèk te kanpe e te bay fo temwayaj kont Li. Yo t ap di:
MAR 14:58 “Nou te tande Li di: ‘Mwen va detwi tanp sa ki fèt avèk men, e nan twa jou, mwen va bati yon lòt ki fèt san men.’”
MAR 14:59 Epi menm nan sa a, temwayaj yo pa t koresponn.
MAR 14:60 Wo prèt la te leve. Li te vini devan, e te kesyone Jésus. Li te di: “Èske ou pa reponn kesyon yo? Kisa ke moun sa yo ap temwaye konsa kont ou yo?”
MAR 14:61 Men Li te rete an silans, e pa t reponn yo. Ankò wo prèt la te poze L kesyon e t ap di Li: “Èske Ou menm se Kris la, Fis a Sila Ki Beni an?”
MAR 14:62 Jésus te reponn li: “Se Mwen. Nou va wè Fis a Lòm nan vin chita bò dwat Pwisans lan, e vini avèk nwaj nan syèl yo.”
MAR 14:63 Konsa, wo prèt la te chire rad li. Li te di: “Kisa nou bezwen kòm temwayaj ankò?
MAR 14:64 Nou tande blasfèm nan! Kisa sa sanble selon nou menm?” Konsa, yo tout te kondane Li, ke Li te merite lanmò.
MAR 14:65 Epi kèk te kòmanse krache sou Li, e bat Li avèk kout pwen. Yo t ap di L: “Pwofetize!” Ofisye yo te fwape L ak kalòt nan figi.
MAR 14:66 Pierre te anba nan lakou tribinal la. Yon fi ki sèvi nan kay a wo prèt la te vini.
MAR 14:67 E lè l wè Pierre ki t ap chofe kò l, li byen gade l e te di: “Ou te la tou avèk Jésus, Nazareyen an.”
MAR 14:68 Men Li te demanti sa, e te di: “Mwen pa menm konnen, ni konprann, kisa w ap pale a.” Epi li ale sou galeri deyò a.
MAR 14:69 Sèvant kay la te wè li e te kòmanse di ankò a sila ki te la yo: “Sila a se youn nan yo!”
MAR 14:70 Men ankò, li t ap demanti sa a. E apre kèk tan, sila ki te la yo t ap di ankò a Pierre: “Asireman ou se youn nan yo, paske ou menm osi se yon Galilyen.”
MAR 14:71 Men li te kòmanse bay madichon e joure: “Mwen pa konnen nonm sila a ke n ap pale a.”
MAR 14:72 Imedyatman, kòk la te chante pou dezyèm fwa a. E Pierre te sonje jan Jésus te di l la: “Avan kòk la chante de fwa, ou va nye M twa fwa.” Nan sonje sa a, li te kòmanse kriye.
MAR 15:1 Nan granmmaten, chèf prèt avèk ansyen yo ak skrib yo, ansanm ak tout konsèy la te reyini lamenm. Yo te mare Jésus, e te mennen Li ale pou livre Li bay Pilate.
MAR 15:2 Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”
MAR 15:3 Chèf prèt yo te akize L byen sevè sou anpil bagay.
MAR 15:4 Pilate t ap kesyone L toujou. Li te di: “Kòmsi Ou pa reponn? Ou pa wè konbyen akizasyon y ap pote kont Ou?”
MAR 15:5 Men Jésus pa t reponn anplis, jiskaske Pilate te etone.
MAR 15:6 Alò, nan fèt la, li te konn lage pou yo, yon prizonye ki chwazi selon demann pa yo.
MAR 15:7 Epi te gen yon mesye yo rele Barabbas, ki te vin pran prizon, ansanm avèk sila ki t ap fè revòlt yo. Mesye sa yo, te responsab touye moun.
MAR 15:8 Foul la te pwoche Pilate, e te kòmanse mande l fè sa ke li te gen abitid fè pou yo a.
MAR 15:9 Pilate te reponn yo. Li te mande: “Èske nou vle ke m ta lage pou nou Wa a Jwif yo?”
MAR 15:10 Paske li te byen konprann ke chèf prèt yo te livre Li akoz jalouzi.
MAR 15:11 Men chèf prèt yo te chofe foul la pou mande Pilate, olye sa a, pou li ta lage bay yo Barabbas.
MAR 15:12 Epi Pilate te reponn yo ankò: “Ebyen, kisa pou m ta fè avèk Li menm ke nou rele Wa Jwif yo?”
MAR 15:13 Konsa, yo te rele fò: “Krisifye Li!”
MAR 15:14 Men Pilate t ap di yo: “Poukisa? Ki mal Li fè?” Men yo te rele pi fò: “Krisifye Li!”
MAR 15:15 Akoz ke li te vle satisfè foul la, Pilate te lage Barabbas pou yo. Lè li te fin fè yo bat Jésus ak fwèt, li te livre L, pou L ta krisifye.
MAR 15:16 Sòlda yo te pran L antre nan lakou a (sa vle di Pretwa a). Yo te rele ansanm yon kowòt Women antye.
MAR 15:17 Yo te abiye Li an mov, e lè yo te fin trese yon kouwòn zepin, yo te mete l sou tèt Li.
MAR 15:18 Konsa, yo te kòmanse salye Li: “Sali, Wa a Jwif yo!”
MAR 15:19 Yo te kontinye bat tèt Li avèk yon wozo, yo te krache sou Li. Yo te mete yo ajenou, epi yo te bese devan Li.
MAR 15:20 Lè yo te fin moke L, yo retire vètman mov la, e te mete pwòp rad Li sou Li. E yo te mennen Li deyò pou krisifye Li.
MAR 15:21 Yo te pran yon mesye pa lafòs ki t ap sòti andeyò pou fè l fè kòve; Simon de Cyrène, (papa a Alexandre ak Rufus), pou pote kwa Li a.
MAR 15:22 Konsa, yo te mennen Li nan plas Golgotha, ki tradwi kon Plas A Zo Bwatèt.
MAR 15:23 Yo te eseye bay Li diven mele avèk myrr; men Li pa t pran li.
MAR 15:24 Epi yo te krisifye Li e te divize vètman Li yo pami yo menm. Yo te fè tiraj osò pou yo detèmine sa ke yo chak ta pran.
MAR 15:25 Se te nan twazyèm lè ke yo te krisifye Li a.
MAR 15:26 Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: “Wa a Jwif yo”.
MAR 15:27 Konsa,yo te krisifye de vòlè avè L; youn sou men dwat Li, e youn sou men goch Li.
MAR 15:28 Epi konsa, Lekriti sen an te akonpli ki te di: “Epi Li te konte pami malfektè yo.”
MAR 15:29 Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou.
MAR 15:30 Sove tèt Ou, e desann sou kwa a!”
MAR 15:31 Menm jan an, chèf prèt yo ansanm avèk skrib yo, t ap moke Li pami yo menm e t ap di: “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove tèt Li.”
MAR 15:32 “Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.
MAR 15:33 Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè.
MAR 15:34 Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”
MAR 15:35 Lè kèk nan moun ki te la yo tande sa, yo te di: “Gade, L ap rele Élie.”
MAR 15:36 Yon moun te kouri ale pran yon eponj e te ranpli li avèk vinèg si. Li te mete l sou yon wozo, e te bay Li bwè. Li te di: “ Kite l konsa! Annou wè koulye a si Élie ap vin fè L desann.”
MAR 15:37 Konsa, Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li.
MAR 15:38 Vwal tanp lan te chire an de, soti anwo, jis rive anba.
MAR 15:39 Lè santenye Women an, ki te kanpe tou dwat devan Li a, te wè jan Li te rann dènye souf Li a, li te di: “Anverite, nonm sila a se te Fis Bondye a.”
MAR 15:40 Te gen osi, fanm ki t ap veye a yon distans. Pami yo se te Marie Magdalène, e Marie, manman a Jacques Le Mineur, Joses, ak Salomé.
MAR 15:41 Lè Li te Galilée, yo te konn swiv Li e sèvi Li, e anpil lòt fanm osi te vin monte avèk Li Jérusalem.
MAR 15:42 Lè aswè te rive, akoz Jou Preparasyon an, sa vle di, jou avan Saba a,
MAR 15:43 Joseph Arimathée te vini. Li te yon manm enpòtan nan Konsèy la, e li osi t ap tann wayòm Bondye a. Li te ranmase kouraj li pou ale devan Pilate, e li te mande kò Jésus a.
MAR 15:44 Pilate te vle konnen si Li te gen tan mouri. Li te rele santenye Women an, e te mande l si li te mouri deja.
MAR 15:45 Konsa, lè l vin konprann sa selon santenye Women an, li te bay kò a a Joseph.
MAR 15:46 Joseph te pote yon twal lèn nan, te desann Li, e te vlope L nan twal lèn an. Li te mete L nan tonm ki te fouye nan wòch la, e li te woule yon gwo wòch kont antre a tonm nan.
MAR 15:47 Marie Magdala, avèk Marie, manman Joses te wè kote yo te mete Li.
MAR 16:1 Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li.
MAR 16:2 Epi trè bonè, nan premye jou semèn nan, yo te vini nan tonm nan lè solèy la t ap fenk leve.
MAR 16:3 E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?”
MAR 16:4 Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo.
MAR 16:5 Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.
MAR 16:6 Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la.
MAR 16:7 Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”
MAR 16:8 Yo te fè vit sove ale kite tonm nan, akoz tranbleman ak sezisman te gen tan pran yo. Yo pa t di anyen a pèsòn, paske yo te krent.
MAR 16:9 Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo.
MAR 16:10 Marie te ale bay rapò a sila ki te konn avèk Li yo pandan yo te nan doulè e t ap kriye.
MAR 16:11 Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, yo te refize kwè sa.
MAR 16:12 Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò.
MAR 16:13 Epi yo te kite la, e te ale bay rapò a lòt yo, men yo pa t kwè yo nonplis.
MAR 16:14 Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.
MAR 16:15 Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an.
MAR 16:16 Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.
MAR 16:17 Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf;
MAR 16:18 yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va mete men sou malad yo, e y ap refè.”
MAR 16:19 Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye.
MAR 16:20 Konsa, yo te ale deyò e te preche toupatou, pandan Senyè a te avèk yo, e te konfìme pawòl yo pa sign ki te swiv yo. Amen.
LUK 1:1 Akoz gen anpil moun ki deja antreprann pou rasanble yon listwa de bagay ki te fèt pami nou yo,
LUK 1:2 jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki depi nan kòmansman an te wè avèk pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo.
LUK 1:3 Sa te sanble bon pou mwen tou, akoz ke m te fè yon ankèt konplè depi nan kòmansman an, pou m ekri sa pou nou ta byen konprann jan li te rive a, chè ekselans Théophile.
LUK 1:4 Konsa, ou ta kapab konnen verite egzakt la, selon bagay ke ou te enstwi yo.
LUK 1:5 Nan jou Hérode yo, wa Juda a, te gen yon sèten prèt ki te rele Zacharie nan divizyon Abijah. Li te gen yon madanm ki soti nan fi Aaron yo, yo te rele Elizabeth.
LUK 1:6 Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.
LUK 1:7 Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.
LUK 1:8 Alò, li vin rive ke pandan li t ap fè sèvis prèt la devan Bondye nan pwòp tan divizyon pa l,
LUK 1:9 selon koutim nan pozisyon li kon prèt, li te chwazi pa tiraj osò pou antre nan tanp Senyè a pou brile lansan.
LUK 1:10 Tout foul pèp la t ap priye deyò a nan lè ofrann lansan an.
LUK 1:11 Konsa, yon zanj Bondye te parèt kote li, e te kanpe adwat lotèl lansan an.
LUK 1:12 Zacharie te twouble lè l te wè li, elakrent te sezi li.
LUK 1:13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean.
LUK 1:14 Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.
LUK 1:15 “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.
LUK 1:16 Li va fè anpil moun nan fis Israël yo retounen a Senyè a, Bondye yo a.
LUK 1:17 Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”
LUK 1:18 Zacharie te di a zanj lan: “Kijan m ap fè konnen sa? Paske mwen menm se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.”
LUK 1:19 Zanj lan te reponn li e te di: “Mwen se Gabriel, ki kanpe nan prezans Bondye a. Mwen te voye pou pale ak ou, e pou pote bòn nouvèl sila a.
LUK 1:20 Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.”
LUK 1:21 Pèp la t ap tann Zacharie, e yo te etone pa reta ke li te fè nan tanp lan.
LUK 1:22 Men lè l parèt li pa t kapab pale avèk yo. Konsa, yo te vin konprann ke se te yon vizyon ke li te fè nan tanp lan. Li te kontinye fè sign bay yo, e te rete bèbè.
LUK 1:23 Lè jou a sèvis li kon prèt te fini, li te retounen lakay li.
LUK 1:24 Apre jou sa yo, Elizabeth te vin ansent. Li te kache pandan senk mwa, e te di:
LUK 1:25 “Se konsa ke Senyè a aji avè m nan jou ke Li te voye gras Li sou mwen, e Li te retire wont mwen pami lèzòm”.
LUK 1:26 Alò, nan sizyèm mwa ansent Elizabeth la, zanj Gabriel la te voye sòti nan Bondye a yon vil nan Galilée ki te rele Nazareth,
LUK 1:27 a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan desandan David yo. Vyèj la te rele Marie.
LUK 1:28 Lè l te antre, li te di li: “Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye avèk ou. Ou beni pami fanm yo!”
LUK 1:29 Men Marie te twouble anpil pa pawòl sa a, e li t ap reflechi sou ki kalite salitasyon sa a te ye.
LUK 1:30 Konsa zanj lan te di l: “Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye.
LUK 1:31 Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou va bay li non a Jésus.
LUK 1:32 Li va gran e Li va rele Fis a Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li twòn a zansèt Li a, David.
LUK 1:33 Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, e wayòm Li an p ap janm fini.”
LUK 1:34 Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?”
LUK 1:35 Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye.
LUK 1:36 Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li.
LUK 1:37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”
LUK 1:38 Marie te di li: “Men gade, sèvant-devwe a Senyè a; kite sa fèt sou mwen selon pawòl ou.” Konsa, zanj lan te kite li.
LUK 1:39 Alò, nan moman sa a, Marie te leve. Li te sòti byen vit pou rive nan peyi kolin yo, nan yon vil yo rele Juda.
LUK 1:40 Li te antre lakay a Zacharie, e te salye Elizabeth.
LUK 1:41 Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te ranpli avèk Lespri Sen an.
LUK 1:42 Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an!
LUK 1:43 Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen?
LUK 1:44 Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa.
LUK 1:45 Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”
LUK 1:46 Marie te di: “Nanm mwen egzalte Senyè a,
LUK 1:47 Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.
LUK 1:48 Paske li te gade eta ba sèvant Li an; paske gade byen, soti nan moman sa a jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.
LUK 1:49 Paske Toupwisan an te fè gwo bagay pou mwen. Non Li sen.
LUK 1:50 Epi mizerikòd Li sou jenerasyon apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo.
LUK 1:51 Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li. Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.
LUK 1:52 Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo, e Li egzalte sila ki enb yo.
LUK 1:53 Li ranpli sila ki grangou yo avèk bon bagay; e Li voye rich yo ale avèk men vid.
LUK 1:54 Li bay sekou a Israël, sèvitè Li a, kon yon sonj mizerikòd Li,
LUK 1:55 jan Li te pale a zansèt nou yo, a Abraham avèk jenerasyon Li yo jis pou tout tan”.
LUK 1:56 Marie te rete avèk li pandan anviwon twa mwa, e te retounen lakay li.
LUK 1:57 Alò, lè te rive pou Elizabeth akouche, e li te fè yon fis.
LUK 1:58 Vwazen li yo avèk fanmi li yo te tande ke Senyè a te montre mizerikòd Li, e yo t ap rejwi avèk li.
LUK 1:59 Li te vin rive ke nan uityèm jou a, yo te vini pou sikonsi pitit la, e yo t ap rele li Zacharie, non a papa li.
LUK 1:60 Men manman li te reponn e te di: “Non anverite, men l ap rele Jean.”
LUK 1:61 Yo te di li: “Nanpwen pèsòn pami fanmi ou ki rele pa non sa a.”
LUK 1:62 Konsa, yo te fè sign a papa a, pou konnen ki non li te vle bay li.
LUK 1:63 Li te mande yon tablo, e te ekri konsa: “Non li se Jean”. Yo tout te etone.
LUK 1:64 Konsa, nan yon sèl kou bouch li te louvri, lang li te vin lache e li te kòmanse pale e bay glwa a Bondye.
LUK 1:65 Lakrent te vin tonbe sou tout sila yo ki te rete nan landwa sila a; epi tout bagay sa yo te pale nan tout peyi kolin a Juda yo.
LUK 1:66 Tout sila ki te tande koze sa yo te sonje sa, e te toujou mande: “Alò, kisa nou sipoze pitit sa a va devni?” Paske men Senyè a te vrèman sou li.
LUK 1:67 Papa li, Zacharie, ranpli avèk Lespri Sen an, te pwofetize. Li te di:
LUK 1:68 Beni se Senyè a, Bondye Israël la, paske li vizite nou, Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.
LUK 1:69 Li te leve yon kòn sali pou nou lakay David la, sèvitè Li a.
LUK 1:70 Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,
LUK 1:71 Delivrans sou lènmi nou yo, ak nan men a tout sila ki rayi nou yo;
LUK 1:72 pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo, e pou sonje akò sen Li an,
LUK 1:73 Sèman ke Li te fè a Abraham, zansèt nou an,
LUK 1:74 pou pèmèt ke nou menm, ki te delivre nan men lènmi nou yo, ta kapab sèvi Li san krent,
LUK 1:75 nan sentete ak ladwati devan Li, pandan tout jou nou yo.
LUK 1:76 Epi ou menm pitit, ou va rele pwofèt a Pi Wo a; paske ou va ale devan Senyè a, pou prepare chemen Li an;
LUK 1:77 pou bay pèp Li a konesans a sali a, pou padon peche pa yo.
LUK 1:78 Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an, k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou.
LUK 1:79 Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò a, pou gide pye nou nan chemen lapè a.
LUK 1:80 Pitit la te kontinye grandi, e te vin fò nan lespri. Konsa, li te viv nan dezè yo jis jou li te parèt piblikman an Israël.
LUK 2:1 Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan César Auguste, ke yon resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete.
LUK 2:2 Sa se te premye resansman global ki te fèt pandan Quirinius te gouvènè a Syrie.
LUK 2:3 Tout moun te kòmanse anrejistre pou resansman an, chak moun nan pwòp vil pa li.
LUK 2:4 Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke li te sòti nan kay ak fanmi a David,
LUK 2:5 pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.
LUK 2:6 Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche.
LUK 2:7 Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.
LUK 2:8 Nan menm andwa a, te gen bèje deyò nan chan an ki t ap okipe bann mouton yo pandan nwit lan.
LUK 2:9 Konsa yon zanj Bondye te vin kanpe sibitman devan yo, epi glwa a Bondye te klere toutotou de yo; e yo te vin ranpli avèk laperèz.
LUK 2:10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la.
LUK 2:11 Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a.
LUK 2:12 Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”
LUK 2:13 Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:
LUK 2:14 “Glwa a Bondye nan pi wo a, e sou latè a, lapè pami lèzòm ki fè L kontan yo.”
LUK 2:15 Li te rive ke lè zanj yo te kite yo pou retounen nan syèl, ke bèje yo te kòmanse di youn ak lòt: “Alò, annou ale toudwat Bethléhem pou wè bagay sa a ke Bondye fè nou konprann nan.”
LUK 2:16 Yo te fè vit pou rive e te twouve chemen pou rive kote Marie avèk Joseph, avèk pitit ki te kouche nan manjwa a.
LUK 2:17 Alò, lè yo te wè sa, yo te fè konnen pawòl ki te livre a yo konsènan pitit sila a.
LUK 2:18 Tout moun ki te tande sa te etone de bagay ke bèje yo t ap di yo.
LUK 2:19 Men Marie te kache tout sa pou sonje l, e li te reflechi sou yo nan kè li.
LUK 2:20 Bèje yo te retounen e yo t ap bay Bondye glwa avèk lwanj pou tout sa ke yo te tande e wè, jan ke li te pale a yo menm nan.
LUK 2:21 Lè uit jou te fin pase avan sikonsizyon Li te fèt, yo te bay Li non Jésus, menm non ki te bay pa zanj yo avan Li te plase nan vant lan.
LUK 2:22 Lè jou pou yo vin pirifye yo te rive selon Lalwa Moïse la, yo te mennen Li Jérusalem pou prezante Li devan Senyè a.
LUK 2:23 (Jan li ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout mal ki premye ouvri vant lan va rele sen a Bondye”),
LUK 2:24 epi pou ofri yon sakrifis selon sa ki te pale nan Lalwa Senyè a, “yon pè toutrèl, oswa, de jenn pijon.”
LUK 2:25 Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li.
LUK 2:26 Li te revele a li menm ke li pa t ap wè lanmò avan ke li te wè Kris a Senyè a.
LUK 2:27 Konsa, li te nan Lespri a lè l te antre nan tanp lan nan menm lè paran Jésus yo te pote pitit la, pou akonpli pou Li koutim Lalwa a.
LUK 2:28 Epi li te ranmase li nan bwa li. Li te beni Bondye, e te di:
LUK 2:29 “Koulye a Senyè, W ap kite sèvitè Ou a pati anpè selon pawòl Ou.
LUK 2:30 Paske zye m gen tan wè delivrans Ou,
LUK 2:31 ke ou prepare devan tout nasyon yo;
LUK 2:32 “yon limyè revelasyon pou payen yo, epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”
LUK 2:33 Papa L avèk manman L te etone de bagay ke yo t ap di sou Li yo.
LUK 2:34 Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon.
LUK 2:35 Yon nepe va travèse menm nanm pa ou, jiskaske panse a kè anpil moun kapab vin revele.”
LUK 2:36 Anplis te gen yon pwofetès, Anne, fi a Phanuel, ki te nan tribi Aser. Li te avanse nan laj, e li te viv avèk mari li pandan sèt ane apre maryaj la,
LUK 2:37 answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan jèn ak lapriyè.
LUK 2:38 Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap chache redanmsyon Jérusalem nan.
LUK 2:39 Lè yo te fin acheve tout bagay selon Lalwa Senyè a, yo te retounen Galilée, nan pwòp vil pa yo, nan Nazareth.
LUK 2:40 Pitit la te kontinye grandi, e Li t ap vin fò. Li te ogmante nan sajès, e gras Bondye te sou Li.
LUK 2:41 Alò paran Li yo te konn ale Jérusalem chak ane nan fèt Pak Jwif la.
LUK 2:42 Lè L te vin gen douz ane, yo te monte la selon koutim fèt la.
LUK 2:43 Pandan yo t ap retounen, apre tout jou yo te pase, jenn gason an, Jésus te rete dèyè nan Jérusalem. Men paran Li yo pa t konnen sa.
LUK 2:44 Yo te sipoze ke Li te pami lòt moun yo. Yo te vwayaje pandan yon jou, e yo te kòmanse ap chache Li pami manm fanmi avèk zanmi yo.
LUK 2:45 Lè yo pa t twouve Li, yo te retounen Jérusalem pou chache Li.
LUK 2:46 Konsa apre twa jou, yo te twouve Li nan tanp lan. Li te chita pami mèt yo, pou tande yo, e poze yo kesyon.
LUK 2:47 Tout sila ki te tande Li yo te etone de jan li te konprann, ak repons ke Li te bay yo.
LUK 2:48 Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: “Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou.”
LUK 2:49 Li te di yo: “Poukisa nou t ap chache mwen? Èske nou pa t konnen ke M te oblije lakay Papa M?”
LUK 2:50 Men yo pa t konprann pawòl ke Li te di yo a.
LUK 2:51 Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.
LUK 2:52 Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan gras avèk Bondye e avèk lèzòm.
LUK 3:1 Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César la, pandan Ponce Pilate te Gouvènè Juda, Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrak nan Abilène,
LUK 3:2 nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a.
LUK 3:3 Konsa, li te vini nan tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo.
LUK 3:4 Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la: “Lavwa a yon moun k ap kriye nan dezè a, ‘Prepare chemen SENYÈ a, Fè wout Li yo dwat,
LUK 3:5 Chak vale va ranpli, E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese. Kwochi yo a va vin drese, E move wout yo va vin swa.
LUK 3:6 Tout chè va wè delivrans Bondye a.’”
LUK 3:7 Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: “Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an?
LUK 3:8 Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo.
LUK 3:9 Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”
LUK 3:10 Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: “Alò, kisa pou nou ta fè?”
LUK 3:11 Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”
LUK 3:12 Anplis, ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”
LUK 3:13 Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”
LUK 3:14 Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”? Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”
LUK 3:15 Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, pou konprann si se Kris la ke li te ye,
LUK 3:16 Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife.
LUK 3:17 Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk dife ki pa kapab etenn.”
LUK 3:18 Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la.
LUK 3:19 Men lè l te bay Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo,
LUK 3:20 Hérode te ogmante peche l sou sa yo. Li te vin mete Jean nan prizon.
LUK 3:21 Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri,
LUK 3:22 e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
LUK 3:23 Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli,
LUK 3:24 fis a Matthat, fis a Lévi, fis a Melchi, fis a Jannaï, fis a Joseph,
LUK 3:25 fis a Mattathias, fis a Amos, fis a Nahum, fis a Esli, fis a Naggaï,
LUK 3:26 fis a Maath, fis a Mattathias, fis a Sémeï, fis a Joseph, fis a Joda,
LUK 3:27 fis a Joanan, fis a Rhésa, fis a Zorobabel, fis a Salathiel, fis a Néri,
LUK 3:28 fis a Melchi, fis a Addi, fis a Kosam, fis a Elmadam, fis a Er,
LUK 3:29 fis a Jésus, fis a Éliézer, fis a Jorim, fis a Matthat, fis a Lévi
LUK 3:30 fis a Siméon, fis a Juda, fis a Joseph, fis a Jonam, fis a Éliakim,
LUK 3:31 fis a Méléa, fis a Menna, fis a Mattatha, fis a Nathan, fis a David,
LUK 3:32 fis a Isaï, fis a Jobed, fis a Booz, fis a Salmon, fis a Naason,
LUK 3:33 fis a Aminadab, fis a Admin, fis a Arni, fis a Esrom, fis a Pharès, fis a Juda
LUK 3:34 fis a Jacob, fis a Isaac fis a Abraham, fis a Thara, fis a Nachor,
LUK 3:35 fis a Seruch, fis a Ragau, fis a Phalek, fis a Éber, fis a Sala,
LUK 3:36 fis a Kaínam, fis a Arphaxad, fis a Sem, fis a Noé, fis a Lamech,
LUK 3:37 fis a Mathusala, fis a Énoch, fis a Jared, fis a Maléléel, fis a Kaïnan,
LUK 3:38 fis a Énos, fis a Seth, fis a Adam, fis a Bondye.
LUK 4:1 Jésus, ranpli avèk Lespri Sen an, te retounen soti nan Jourdain an. Li te mennen pa Lespri a nan dezè a
LUK 4:2 pandan karant jou, e Li te vin tante pa dyab la. Li pa t manje anyen pandan jou sa yo, epi lè jou yo te fini, Li te vin grangou.
LUK 4:3 Konsa, dyab la te di L: “Si Ou se fis Bondye a, kòmande wòch sila a vin pen.”
LUK 4:4 Jésus te reponn li: “Li ekri. ‘Lòm pa viv sèlman sou pen.’”
LUK 4:5 Konsa, li te mennen Li monte, e te montre Li tout wayòm latè yo nan yon enstan de tan.
LUK 4:6 Dyab la te di Li: “Mwen va bay Ou tout domenn sila a avèk glwa li, paske li livre nan men m, e mwen ap bay li a sila a ke m pito.
LUK 4:7 Konsa, si Ou pwostène devan m, tout li ap vini pou Ou.”
LUK 4:8 Jésus te reponn. Li te di l konsa: “Sa ekri ‘Ou va adore Senyè a Bondye ou a, e sèvi Li menm sèlman.’”
LUK 4:9 Ankò li te mennen Li Jérusalem. Li te fè L kanpe sou pwent twati tanp lan, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, voye kò Ou anba soti isit la,
LUK 4:10 paske sa ekri: ‘Li va bay zanj Li yo chaj de ou pou pwoteje ou,’
LUK 4:11 epi nan men pa yo, yo va kenbe ou, pou ou pa frape pye ou kont wòch.’”
LUK 4:12 Konsa, Jésus te reponn li, e te di: “Li konn di; ‘Nou pa pou pase Senyè a, Bondye nou nan eprèv.’”
LUK 4:13 Lè dyab la te fin fè tout tantasyon yo, li te kite Li jiska yon moman konvenab.
LUK 4:14 Jésus te retounen Galilée anba pouvwa Lespri a. Nouvèl Li te gaye toupatou nan tout andwa ki antoure distri yo.
LUK 4:15 Li te kòmanse enstwi nan sinagòg yo, e te resevwa lwanj a tout moun.
LUK 4:16 Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li.
LUK 4:17 Yo te lonje bay Li liv a pwofèt Ésaïe a. Li te ouvri l e te twouve plas kote sa te ekri:
LUK 4:18 “Lespri Senyè a sou Mwen, paske Li te onksyone M pou preche bòn nouvèl la a malere yo. Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo, pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.
LUK 4:19 Pou pwoklame ane favorab a Senyè a.”
LUK 4:20 Li te fèmen liv la. Li te remèt li bay atandan an, e Li te chita. Zye a tout sinagòg la te fikse sou Li.
LUK 4:21 Li te di yo: “Jodi a menm, Ekriti sila a akonpli nan zòrèy nou.”
LUK 4:22 Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki t ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”
LUK 4:23 Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’”
LUK 4:24 Konsa, Li te di: “Anverite Mwen di nou, nanpwen pwofèt ki byen resevwa nan pwòp vil li.
LUK 4:25 Men, Mwen di nou anverite, ke te gen anpil vèv nan Israël nan jou Élie yo, lè syèl la te fèmen nèt pandan twazan si mwa, lè gwo grangou te rive sou tout peyi a.
LUK 4:26 Malgre sa, Élie pa t voye a okenn nan yo, men sèlman aSarepta, nan peyi Sidon, a yon fanm ki te yon vèv.
LUK 4:27 Epi te gen anpil lèp an Israël nan tan pwofèt Élie a, men okenn pa t pirifye, men sèlman Naaman, yon Siryen.”
LUK 4:28 Konsa, tout sinagòg la te anraje lè yo te tande bagay sa yo;
LUK 4:29 Yo te soulve, yo te pouse bourade Li deyò vil la, e te mennen Li nan
LUK 4:30 do ti mòn a kote vil yo te bati, pou yo ta kapab jete L anba nan falèz la. Men Li te pase nan mitan yo, e Li te al fè wout Li.
LUK 4:31 Konsa, Li te desann Capernaüm, yon vil nan Galilée. Li t ap enstwi yo nan Saba a.
LUK 4:32 Yo te etone de enstriksyon Li, paske mesaj Li yo te avèk otorite.
LUK 4:33 Te gen yon mesye nan sinagòg la ki te posede pa lespri a yon dyab enpi, e li t ap kriye avèk yon vwa fò:
LUK 4:34 “Kite nou pou kont nou! Kisa nou gen avè Ou, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”
LUK 4:35 Jésus te reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.
LUK 4:36 Sezisman te pran yo tout. Yo t ap diskite youn avèk lòt e t ap di: “Ki mesaj sa a? Paske avèk otorite ak pwisans Li kòmande lespri enpi yo, e yo te sòti.”
LUK 4:37 Nouvèl a Li menm t ap gaye toupatou nan distri ozanviwon yo.
LUK 4:38 Konsa, Li te leve kite sinagòg la, e Li te antre lakay Simon. Alò, bèlmè Simon t ap soufri anba yon gwo lafyèv, e yo te mande Li pou ede l.
LUK 4:39 Konsa Li te kanpe anwo li; Li te reprimande fyèv la. Fyèv la te kite li, epi imedyatman li te leve pou sèvi yo.
LUK 4:40 Pandan solèy la t ap kouche, tout moun ki te gen moun malad avèk plizyè kalite maladi, te pote yo vini. Li te mete men L sou yo tout, e Li t ap geri yo.
LUK 4:41 Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la.
LUK 4:42 Lè jou a te rive, Li te sòti pou te ale yon kote ki pa t gen moun. Foul la t ap chache Li, e te vini kote Li. Konsa, yo te kenbe L pou anpeche Li ale.
LUK 4:43 Men Li te di yo: “Mwen oblije preche Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou; paske Mwen te voye pou rezon sa a.”
LUK 4:44 Konsa, Li te kontinye ap preche nan sinagògJudée yo.
LUK 5:1 Alò, li te vin pase ke foul la t ap peze sou li pou koute pawòl Bondye a, lè L t ap kanpe akote lak ke yo rele Génésareth la.
LUK 5:2 Li te wè de kannòt ki te twouve akote lak la, men moun lapèch yo te deja desann yo, e t ap lave filè yo.
LUK 5:3 Li te antre nan youn nan kannòt yo ki te pou Simon, e Li te mande li pou mete yo a yon ti distans de tè a. Li te chita, e te kòmanse enstwi foul la depi nan kannòt la.
LUK 5:4 Lè Li te fin pale, Li te di Simon: “Mete nou deyò nan dlo fon elage filè yo pou kenbe pwason.”
LUK 5:5 Simon te reponn pou di L: “Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo.”
LUK 5:6 Lè yo te fin fè sa, yo te pran yon gwo kantite pwason. Filè yo te tanmen chire.
LUK 5:7 Konsa, yo te fè sign pou moun parèy yo nan lòt kannòt yo vin ede yo. Yo te vini, e te plen tou de kannòt yo jiskaske yo te kòmanse plonje.
LUK 5:8 Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: “Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!”
LUK 5:9 Paske sezisman te pran l avèk tout zanmi li yo akoz kantite pwason yo te kenbe.
LUK 5:10 Anplis, Jacques avèk Jean, fis Zébédée yo ki te asosye yo avèk Simon te sezi tou. Jésus te reponn Simon: “Pa pè, depi koulye a, se moun n ap kenbe.”
LUK 5:11 Lè yo te fin fè kannòt yo rive atè, yo te kite tout bagay pou yo te swiv Li.
LUK 5:12 Pandan Li te nan youn nan vil yo, gade byen, te gen yon nonm ki te kouvri avèk lalèp. Lè l te wè Jésus, li te tonbe sou figi li, e li te enplore Li: “Senyè, si Ou vle, Ou kapab fè m pwòp.”
LUK 5:13 Li te lonje men L, e te touche li. Li te di: “Mwen vle. Vin pwòp.” Imedyatman, lalèp la te kite li.
LUK 5:14 Li te kòmande li pou pa di pèsòn sa: “Men alemontre ou menm a prèt yo, e fè yon ofrann pou netwayaj ou, jan Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
LUK 5:15 Men nouvèl sou Li t ap gaye menm pi lwen. Gwo foul moun t ap rasanble pou tande Li, e pou geri de maladi yo.
LUK 5:16 Men Jésus Li menm, te konn souvan chape ale nan dezè a poupriye.
LUK 5:17 Li te rive yon jou pandan Li t ap enstwi, ke kèk Farizyen avèk mèt Lalwa te chita la. Yo te sòti nan chak vilaj Galilée, Juda ak Jérusalem. Konsa, pwisans a Senyè a te prezan pou l te geri moun.
LUK 5:18 Kèk moun t ap pote sou yon kabann, yon nonm ki te paralize. Konsa, yo t ap eseye fè l antre pou mete l devan L.
LUK 5:19 Men san twouve mwayen pou fè l antre akoz foul la, yo te monte sou tèt kay la, e te fè l desann nan yon twou nan kouvèti mitan foul la, devan Jésus.
LUK 5:20 Lè L te wè lafwa yo, Li te di: “Mesye, peche ou yo padone”.
LUK 5:21 Skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse rezone. Yo t ap di: “Ki moun sa k ap blasfeme konsa? Kilès ki kapab padone peche sof ke Bondye sèl?”
LUK 5:22 Men Jésus, ki te okouran de jan yo t ap reflechi a, te reponn e te di yo: “Poukisa nou ap reflechi nan kè nou konsa?
LUK 5:23 Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen pou di: ‘Leve mache’?
LUK 5:24 Men pou nou kab konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo,” li te di a paralitik la: “Mwen di ou leve, pran kabann ou e ale lakay ou.”
LUK 5:25 Lapoula nonm nan te leve devan yo, ranmase nat li, e li te ale lakay li ranpli avèk lwanj Bondye.
LUK 5:26 Yo tout te sezi, etone menm, e t ap bay Bondye glwa. Yo te ranpli avèk lakrent, e t ap di: “Nou wè bagay ki tèlman remakab jodi a”.
LUK 5:27 Apre sa, Li te sòti deyò e li te wè yon ajan kontribisyon ki te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”.
LUK 5:28 Konsa,li te kite tout bagay dèyè, e te leve swiv Li.
LUK 5:29 Lévi te fè yon resepsyon pou Li lakay li. Yo te gen yon gwo foul kolektè kontribisyon avèk lòt moun ki t ap manje sou tab la avèk yo.
LUK 5:30 Farizyen yo avèk Skrib yo te kòmanse plenyen bay disip Li yo. Yo t ap di: “Poukisa nou manje e bwè avèk kolektè kontribisyon ak pechè yo?”
LUK 5:31 Jésus te reponn e te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.”
LUK 5:32 Mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo a larepantans.
LUK 5:33 Yo te di Li: “Disip a Jean yo souvan fè jèn e fè lapriyè; disip a Farizyen yo fè menm jan an. Men pa Ou yo, manje e bwè.”
LUK 5:34 Jésus te di yo: “Nou pa kapab fè zanmi fèt maryaj yo fè jèn pandan jennonm maryaj la toujou avèk yo. Èske se pa vre?
LUK 5:35 Men jou yo ap vini lè jennonm nan ap kite yo. Alò, yo va fè jèn nan jou sa yo.”
LUK 5:36 Li t ap di yo yon parabòl: “Pèsonn pa chire yon mòso twal, fè l sòti nan yon vètman nèf, pou mete l sou yon vètman ki vye. Otreman l ap non sèlman fin chire nèf la, men nèf la p ap parèt menm jan ak vye a.
LUK 5:37 Epi pèsonn pa mete diven nèf nan veso vye kwi, otreman diven nèf la va pete kwi a, gaye tonbe, e vye kwi yo va vin gate.
LUK 5:38 Men diven nèf la oblije vide nan po fèt avèk kwi nèf.
LUK 5:39 Epi pèsonn, lè l fin bwè sa ki ansyen, pa janm vle nèf la, paske li di: ‘Vye a pi bon’”.
LUK 6:1 Alò, li vin rive ke nan yon dezyèm Saba apre premye a, Li t ap pase nan yon chan ble. Konsa, disip Li yo t ap ranmase e manje tèt ble yo, lè yo fin fwote yo nan men yo.
LUK 6:2 Men kèk nan Farizyen yo te di: “Poukisa nou fè sa ki pa pèmi nan Saba a?”
LUK 6:3 Jésus te reponn yo e te di: “Èske nou pa janm lisa ke David te fè lè li te grangou; li menm avèk sila ki te avèk li yo?
LUK 6:4 Kijan li te antre nan kay Bondye a, li te pran manjepen konsakre a, ki pa t pèmi pou pèsonn manje sof ke prèt yo sèl, e li te bay a sila ki te avè l yo?”
LUK 6:5 Li te di yo: “Fis a Lòm nan se Senyè a Saba a.”
LUK 6:6 Nan yon lòt Saba, Li te antre nan sinagòg la. Li t ap enstwi. Te gen yon mesye la avèk yon men dwat ki te sèch.
LUK 6:7 Konsa, skrib yo avèk Farizyen yo t ap veye L byen pre, pou wè si Li ta geri nan Saba a, pou yo ta kapab twouve yon rezon pou akize L.
LUK 6:8 Men Li te konnen panse yo. Li te di a mesye avèk men sèch la: “Leve vin devan.” Konsa, li te leve vin devan.
LUK 6:9 Jésus te di yo: “Mwen mande nou, èske se pèmi nan Saba a, pou fè byen, oubyen pou fè mal? Pou sove yon vi, oubyen pou detwi li?”
LUK 6:10 Lè Lfin gade yo tout, Li te di li: “Lonje men ou!” Konsa, li te fè l. Epi men l te restore.
LUK 6:11 Men yo menm te anraje. Yo te diskite ansanm sou sa yo ta kapab fè a Jésus.
LUK 6:12 Se te nan lè sa yo ke Li te kon ale nan mòn nan pou priye. Li te pase tout nwit lan nan lapriyè ak Bondye.
LUK 6:13 Lè li te fè jou, Li te rele disip Li yo kote Li. Konsa, Li te chwazi douz pami yo ke Li te osi nome kòm apòt:
LUK 6:14 Simon, ke Li te osi rele Pierre, André, frè li, Jacques, Jean, Philippe, Barthélemy;
LUK 6:15 Matthieu, Thomas; Jacques, fis de Alphée; Simon ki te rele Zelòt la;
LUK 6:16 Jude, fis a Jacques; ak Judas Iscariot, ki te devni yon moun trèt.
LUK 6:17 Jésus te desann avèk yo, e Li te kanpe nan yon kote pla. Te gen yon gwo foul disip Li yo, ak yon gwo foul moun ki te sòti nan tout Juda avèk Jérusalem, avèk zòn kot Tyr avèk Sidon.
LUK 6:18 Yo te vin pou tande Li, e pou geri de maladi yo; epi sila ki te twouble avèk lespri enpi yo t ap geri.
LUK 6:19 Tout foul la t ap eseye touche Li, paske pouvwa t ap sòti sou Li, e t ap geri yo tout.
LUK 6:20 Li te leve zye L , vè disip Li yo, e te kòmanse di: “Beni se nou menm ki malere, paske wayòm Bondye a se pou nou.
LUK 6:21 “Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.
LUK 6:22 “Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.
LUK 6:23 “Fè kè kontan nan jou sa a, e sote ponpe avèk jwa, paske, gade byen, rekonpans nou gran nan syèl la. Paske semenm jan an, zansèt pa yo te konn maltrete pwofèt yo.
LUK 6:24 “Men malè a nou menm ki rich, paske nou ap resevwa tout konfò nou.
LUK 6:25 “Malè a sila ki byen manje koulye a yo, paske nou va grangou. “Malè a nou menm ki ri koulye a, paske n ap kriye anpil.
LUK 6:26 “Malè a nou menm lè tout moun pale byen de nou, paske menm jan an, zansèt yo te konn aji avèkfo pwofèt yo.
LUK 6:27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo.
LUK 6:28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.
LUK 6:29 “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.
LUK 6:30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.
LUK 6:31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.
LUK 6:32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo.
LUK 6:33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la.
LUK 6:34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.
LUK 6:35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.
LUK 6:36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.
LUK 6:37 “Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.
LUK 6:38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
LUK 6:39 Epi Li te anplis pale yon parabòl a yo menm: “Èskeyon nonm avèg kapab mennen yon nonm avèg? Èske tou de p ap tonbe nan twou?
LUK 6:40 “Yon disip pa pi wo ke mèt li; men Nenpòt moun, lè li fin enstwi, ap tankou mèt li.
LUK 6:41 “Poukisa n ap gade pousyè ki nan zye a frè nou an, men pa okipe bout bwa ki nan zye pa nou an?
LUK 6:42 Oubyen kijan nou kapab di a frè nou an: ‘Frè m, kite m retire pousyè sa a ki nan zye ou a, lè nou menm pa wè bout bwa ki nan zye pa nou an? Nou ipokrit, premyèman retire bout bwa nan zye nou an, e nou va wè klè pou retire pousyè ki nan zye frè nou an.
LUK 6:43 “Paske nanpwen bon ab ki pote move fwi; e lòt kote, yon move ab ki pwodwi bon fwi.
LUK 6:44 Paske chak ab rekonèt pa pwòp fwi li. Konsa, lèzòm pa ranmase fig frans nan bwa zepin, ni yo p ap rekòlte fwi rezen nan yon touf pikan.
LUK 6:45 “Yon bon nonm, nan trezò a kè li, pote sa ki bon; epi moun mechan an nan trezò mechan an va fè parèt sa ki mechan; paske bouch li pale sa ki ranpli kè li.
LUK 6:46 “Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di?
LUK 6:47 Chak moun ki vin kote Mwen, e ki tande pawòl Mwen yo pou aji sou yo, Mwen va montre nou ak kisa li sanble:
LUK 6:48 Li tankou yon nonm k ap bati yon kay, ki te fouye fon, e ki mete yon fondasyon sou wòch la; epi lè inondasyon rive, tòran dlo a pete sou kay la, men li pa t kapab souke l, akoz ke li te byen bati.
LUK 6:49 “Men sila ki tande e ki pa aji, se tankou yon nonm ki bati kay li sou tè a san okenn fondasyon; epi tòran dlo a pete kont li. Lapoula li vin tonbe, e destriksyon a kay sa a vin gran.”
LUK 7:1 Lè Li te fin konplete tout diskou Li a nan tande a pèp la, Li te ale Capernaüm.
LUK 7:2 Epi esklav a yon sèten santenye, ke li te renmen anpil, te malad e te prèt pou mouri.
LUK 7:3 Lè li te tande afè Jésus a, chèf santenye a te voye kèk nan Jwif ansyen yo pou mande Li vin sove lavi a esklav li a.
LUK 7:4 Lè yo te rive kote Jésus, yo te sipliye L avèk tout kè yo. Yo te di: “Li merite pou Ou ta fè sa pou li.
LUK 7:5 Paske li renmen nasyon nou an. Se te li ki te bati sinagòg nou an.”
LUK 7:6 Jésus te pran wout la avèk yo. Lè Li te vin prè kay la, santenye a te voye zanmi yo pou di L: “Senyè, pa twouble tèt Ou plis, paske mwen pa dign pou Ou ta antre menm anba twati kay mwen.
LUK 7:7 Pou rezon sa a, mwen pa t menm konsidere ke m te dign pou m te vin kote Ou. Men sèlman di yon mo e sèvitè mwen an va geri.
LUK 7:8 Paske mwen tou se yon moun plase anba otorite, avèk sòlda yo anba m. Mwen di a sila a: ‘Ale’, e li ale, e a yon lòt ‘Vini’, e li vini; e a esklav mwen ‘Fè sa’, e li tou fè l.”
LUK 7:9 Alò, lè Jésus te tande sa, Li te etone de li. Li te vire di foul ki t ap swiv Li a: “Mwen di nou, pa menm an Israël Mwen pa t twouve yon si gran lafwa.”
LUK 7:10 Epi lè sila ki te voye yo te vin retounen, yo te twouve esklav la an bòn sante.
LUK 7:11 Pa anpil tan apre sa, Li te ale nan yon vil yo rele Naïn. Disip Li yo t ap ale avè l akonpanye pa yon gwo foul moun.
LUK 7:12 Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l.
LUK 7:13 Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.”
LUK 7:14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!”
LUK 7:15 Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.
LUK 7:16 Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”!
LUK 7:17 Rapò sila a konsènan Li te gaye toupatou nan Juda ak tout landwa nan distri yo.
LUK 7:18 Disip a Jean yo te bay li rapò konsènan tout bagay sa yo.
LUK 7:19 Konsa, li te rele de nan disip li yo, e te voye yo kote Senyè a pou mande: “Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?”
LUK 7:20 Lè mesye yo te rive a Li menm, yo te di: “Jean-Baptiste voye nou kote Ou menm pou mande ‘Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?’”
LUK 7:21 Nan menm lè sa a, Li te geri anpil moun avèk maladi, afliksyon, ak move lespri; epi Li te bay vizyon a anpil moun ki te avèg.
LUK 7:22 Li te reponn e te di yo: “Ale bay rapò a Jean sou sa nou wè ak tande. ‘Avèg yo vin wè, bwate yo vin mache, lepre yo vin pwòp, soud yo tande, mò yo leve, e malere yo gen bòn nouvèl la preche a yo menm.
LUK 7:23 Beni se sila ki pa pran ofans akoz Mwen.’”
LUK 7:24 Lè mesaje a Jean yo te sòti, Li te kòmanse pale a foul la sou Jean: “Kisa nou te ale nan dezè a pou wè? Yon wozo k ap souke pa van?
LUK 7:25 Men kisa nou te ale pou wè? Yon nonm abiye an twal swa? Gade byen, sila ki abiye byen bèl e ki viv nan richès yo se nan palè wayal yo ye.
LUK 7:26 Men kisa nou te ale wè? Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou, se youn ki plis ke yon pwofèt.
LUK 7:27 “Se li menm sou sila yo te ekri a: ‘Veye byen, Mwen voye, mesaje Mwen devan fas Ou, ki va prepare chemen Ou an devan Ou.’
LUK 7:28 “Mwen di nou, pami sila ki ne de fanm yo, nanpwen youn ki pi gran ke Jean; malgre sila ki pi piti nan wayòm Bondye a, pi gran pase li.”
LUK 7:29 Lè tout pèp la avèk kolektè kontribisyon yo te tande sa, yo te rekonèt jistis Bondye; akoz yo te batize avèk batèm Jean an.
LUK 7:30 Men Farizyen yo avèk avoka yo te rejte volonte a Bondye pou yo menm, akoz ke yo pa t batize avèk batèm a Jean an.
LUK 7:31 “A kisa Mwen kapab konpare lèzòm nan jenerasyon sila a, e ak kisa yo sanble?
LUK 7:32 Yo tankou timoun ki chita nan plas mache a, e k ap rele youn lòt; epi yo di: ‘Nou te jwe flit la pou ou, e ou pa t danse; nou te chante yon antèman, e ou pa t kriye.’
LUK 7:33 Paske Jean-Baptiste te vinisan manje pen, ni bwè diven; epi nou di ke li te gen yon dyab!
LUK 7:34 Fis a Lòm nan vini nan manje, ak bwè; epi nou di: ‘Gade, yon nonm ki manje twòp, yon moun sou, yon zanmi a kolektè kontribisyon avèk pechè yo!
LUK 7:35 Men sajès lajistifye pa tout pitit li yo.
LUK 7:36 Alò, youn nan Farizyen yo t ap mande L pou dine avèk li. Konsa, Li te antre lakay Farizyen an, e te rete sou tab la.
LUK 7:37 E te gen yon fanm nan vil la ki te yon pechè. Lè l vin konprann ke Li te sou tab lakay Farizyen an, li te pote yon bokal blan plen avèk pafen albat.
LUK 7:38 Li te kanpe dèyè Li, kote pye Li. Pandan l ap kriye, li te kòmanse mouye pye Li avèk dlo ki sòti nan zye li, epi siye yo avèk cheve li. Li te kontinye siye yo avèk cheve tèt li e bese nan pye Li, pou onksyone yo avèk pafen an.
LUK 7:39 Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”
LUK 7:40 Jésus te reponn li: “Simon, Mwen gen yon bagay pou di ou.” Li te di: “Pale, Mèt.”
LUK 7:41 Yon sèten moun ki prete lajan te gen de zòm ki te dwe l: youn te dwe l senk-sandenye, epi lòt la, senkant.
LUK 7:42 Lè yo pa t kapab repeye, avèk gras, li te padone yo toulède. Pou sa, kilès nan yo k ap renmen li plis?”
LUK 7:43 Simon te reponn e te di: “Mwen sipoze ke se sila ke li te padone plis la.” “ Li te di li: “Ou jije byen”.
LUK 7:44 Lè Li vire vè fanm nan, Li te di Simon: “Èske ou wè fanm sa a? Mwen te antre lakay ou. Ou pa t ban M dlo pou pye Mwen, men li mouye pye M avèk dlo zye li, e li te siye yo avèk cheve li.
LUK 7:45 Ou pa t bo M; men li menm, depi lè M antre a li pa sispann bo pye Mwen.
LUK 7:46 Ou pa t onksyone tèt Mwen avèk lwil, men li te onksyone pye Mwen avèk pafen.
LUK 7:47 “Pou rezon sa a Mwen di ou, peche li yo ki te anpil, vin padone, paske li te renmen anpil: men sila a ki padone piti, renmen piti.”
LUK 7:48 Answit Li te di li: “Peche ou yo padone”.
LUK 7:49 Sila ki te sou tab avèk Li yo te kòmanse di a yo menm: “Ki moun sa ye ki menm padone peche?”
LUK 7:50 Epi Li te di a fanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale anpè.”
LUK 8:1 Yon ti tan apre, Li te kòmanse ale de yon vil ak yon bouk a lòt, poupwoklame e preche wayòm syèl la. Douz yo te avèk Li.
LUK 8:2 Anplis te gen avèk yo kèk fanm ki te geri de move lespri yo ak maladi yo. Te gen Marie, ke yo te rele Magdala a, sou kilès sèt dyab yo te sòti a,
LUK 8:3 avèk Jeanne, madanm Chouza a, entandan Hérode la, ak anpil lòt ki t ap kontribye a soutyen ki sòti nan mwayen pèsonèl yo.
LUK 8:4 Lè yon gran foul t ap rasanble, e sila yo ki sòti nan plizyè vil t ap vwayaje rive kote Li, Li te pale nan yon parabòl:
LUK 8:5 “Semè a te sòti pou simen semans li; e pandan li t ap simen, kèk te tonbe akote wout la; epi yo te vin foule anba pye, e zwazo anlè yo te manje yo.
LUK 8:6 Lòt semans te tonbe nan tè plen wòch, e pandan yo t ap grandi, yo te fennen akoz ke li pa t gen dlo.
LUK 8:7 Lòt semans te tonbe pami pikan; epi pikan yo te grandi avè l, e te trangle yo.
LUK 8:8 Lòt semans te tonbe nan bon tè, te grandi, e te pwodwi yon rekòlt san fwa pi gran.” Pandan Li t ap di bagay sa yo, Li t ap rele fò: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
LUK 8:9 Disip Li yo te kòmanse poze L kesyon sou sa ke parabòl sa a ta kapab vle di.
LUK 8:10 Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.
LUK 8:11 “Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.
LUK 8:12 “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.
LUK 8:13 “Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.
LUK 8:14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.
LUK 8:15 “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.
LUK 8:16 “Alò, pèsonn, lè l fin limen yon lanp pa kouvri li avèk yon veso, ni mete l anba yon kabann; men li mete li sou yon chandelye, pou sila yo ki antre kapab wè limyè a.
LUK 8:17 Paske pa gen anyen kache ki p ap vin parèt, ni anyen an sekrè ki p ap revele pou vin nan limyè.
LUK 8:18 “Pou sa, okipe nou de jan nou tande. Paske nenpòt moun ki genyen, se plis k ap bay a li menm; e a sila ki pa genyen an, menm sa li sipoze li genyen an va rache soti nan men li.”
LUK 8:19 Manman Li avèk frè L yo te vin kote L, e yo pa t kapab rive kote L akoz foul la.
LUK 8:20 Konsa moun yo te bay Li rapò a: “Manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a e vle wè Ou.”
LUK 8:21 Men Li te reponn yo e te di yo: “Manman M avèk Papa M se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki fè l.”
LUK 8:22 Nan youn nan jou sa yo, Li te monte avèk disip Li yo nan yon kannòt. Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò lak la.” Yo te pati.
LUK 8:23 Men pandan yo t ap ale sou vwal a, Li te tonbe nan dòmi. Epi yon gwo van te vin desann sou lak la, e yo te kòmanse inonde e te vin an danje.
LUK 8:24 Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: “Mèt, Mèt, n ap peri!” Lè L vin leve, Li te reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.
LUK 8:25 Li te di yo: “Kote lafwa nou ye?” Yo te ranpli avèk lakrent. Yo te etone, e te di youn lòt: “Alò, kilès nonm sa ye ki kòmande menm van avèk dlo a, e yo obeyi a?”
LUK 8:26 Yo te kouri a vwal jouk lè yo rive nan peyi a Jerazenyen yo ki anfas Galilée.
LUK 8:27 Lè Li te desann atè, Li te rankontre pa yon sèten mesye nan vil la, ki te domine pa dyab. Li pa t konn mete rad depi lontan, e li pa t viv nan kay, men nan tonbo.
LUK 8:28 Lè l wè Jésus, li te kriye fò e te tonbe devan Li. Li te di ak yon gwo vwa: “Kisa m gen avè ou Jésus, Fis a Pi Wo Bondye a? Mwen sipliye ou, pa toumante mwen.”
LUK 8:29 Paske Li te kòmande lespri enpi a pou sòti nan mesye a. Paske li te konn sezi li anpil fwa; e li te mare avèk chenn avèk fè nan pye li, e Li te kenbe anba gad. Li te konn pete tout kontrent sa yo pou dyab yo ta pouse l nan dezè a.
LUK 8:30 Jésus te mande li: “Kòman yo rele ou?” E li te di: “Lejyon”, paske anpil dyab te gen tan antre nan li.
LUK 8:31 Yo t ap sipliye L pou pa voye yo nan abim nan.
LUK 8:32 Alò te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan, e dyab yo te sipliye Li pou kite yo antre nan kochon yo. Konsa, Li te bay yo pèmisyon.
LUK 8:33 Dyab yo te sòti nan mesye a, e te antre nan kochon yo, bann nan te kouri desann pant falèz la, tonbe nan lak la, e te mouri nan dlo a.
LUK 8:34 Lè gadyen kochon yo te wè sa ki rive a, yo te kouri ale bay rapò a nan vil la avèk tout landwa andeyò yo.
LUK 8:35 Pèp la te sòti vin wè sa ki te rive a, e yo te vin kote Jésus. Yo te twouve nonm ki te konn gen dyab la. Li te chita nan pye Jésus, byen abiye, e nan bon tèt li. Yo te vin pè.
LUK 8:36 Sila yo ki te wè sa, te eksplike yo kijan nonm nan ki te posede pa dyab yo, te vin geri.
LUK 8:37 Tout pèp Jerazenyen yo an ak landwa andeyò yo te mande pou L ta kite yo paske yo te ranpli avèk yon gwo perèz. Li te antre nan kannòt la, e te pati.
LUK 8:38 Men mesye a ke dyab yo te kite a te sipliye L pou L ta kapab ale avèk li, men Li te voye li ale e te di:
LUK 8:39 “Retounen lakay ou pou eksplike yo ki gwo bagay ke Bondye te fè pou ou.” Donk li te ale, e te pwoklame toupatou nan tout vil la ki gwo bagay Bondye te fè pou li.
LUK 8:40 Lè Jésus te retounen, foul la te resevwa L byen, paske yo tout t ap tann Li.
LUK 8:41 Konsa, te vini yon nonm ki te rele Jaïrus ki te yon ofisye sinagòg la. Li te tonbe nan pye a Jésus e te kòmanse sipliye Li pou te vini lakay li;
LUK 8:42 paske li te gen yon sèl fi, anviwon laj a douz lane, e li te mouri. Men pandan Li t ap ale, foul la t ap peze Li.
LUK 8:43 Konsa, yon fanm, ki te koule san pou plis ke douz lane, men pa t kapab twouve gerizon pa okenn moun,
LUK 8:44 te pwoche dèyè Li. Li te touche arebò vètman Li, e nan menm moman an, san an te rete.
LUK 8:45 Jésus te di: “Kilès ki te touche Mwen an?” E pandan yo tout t ap demanti ke se pa yo, Pierre te di: “Mèt, foul la ap bourade ou e peze Ou.”
LUK 8:46 Men Jésus te di: “Yon moun vrèman te touche M, paske Mwen te konnen lèpouvwa a te kite M nan.”
LUK 8:47 Lè fanm nan te wè ke li t ap dekouvri, li te vini byen tranble, e te tonbe devan Li. Li te deklare nan prezans a tout moun poukisa li te touche L la ak jan li te vin geri nan menm enstan.
LUK 8:48 Jésus te di li: “Fi Mwen, lafwa ou te fè ou geri; ale anpè.”
LUK 8:49 Pandan Li te toujou ap pale, yon moun te soti lakayofisye sinagòg la, e te di: “Pitit ou a gen tan mouri. Pa twouble Mèt la ankò.”
LUK 8:50 Men lè Jésus te tande sa, Li te reponn li: “Pa pè; sèlman kwè, e li va geri.”
LUK 8:51 Lè Li te rive nan kay la, Li pa t kite okenn lòt moun antre avè L, sof ke Pierre avèk Jean ak Jacques, epi manman ak papa pitit la.
LUK 8:52 Alò yo tout t ap kriye, e t ap lamante pou li; men Li te di: “Sispann kriye, paske li pa mouri, men l ap dòmi.”
LUK 8:53 Yo te kòmanse ap ri sou Li, paske yo te konnen ke li te mouri.
LUK 8:54 Men Li menm te pran li pa lamen, Li te rele e te di: “Pitit, leve!”
LUK 8:55 Konsa, lespri lavi li te retounen, e li te leve imedyatman. Li te bay lòd pou yo bay li yon bagay pou l manje.
LUK 8:56 Paran li yo te etone, men Li te enstwi yo pou pa pale pèsonn sa ki te rive a.
LUK 9:1 Li te rele douz yo ansanm, e te bay yo pouvwa avèk otorite sou tout dyab, e pou geri maladi.
LUK 9:2 Li te voye yo ale pou pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.
LUK 9:3 Konsa, Li te di yo: “Pa pran anyen pou vwayaj nou, ni yon baton, ni yon sak, ni pen, ni lajan. Pa menm pote yon dezyèm vètman.
LUK 9:4 Nan nenpòt kay ke nou antre, rete la jiskaske nou kite vil sa a.
LUK 9:5 Pou sila yo ki pa resevwa nou, lè n ap kite vil sa a, souke pousyè sòti nan pye nou kon yon temwayaj kont yo.”
LUK 9:6 Pandan yo t ap kite la, yo te kòmanse ale pami bouk yo, ap preche levanjil la, e te fè gerizon toupatou.
LUK 9:7 Alò, Hérode, tetrak la te tande tout sa ki t ap fèt yo. Konsa, li te gravman twouble, paske kèk moun te di ke se te Jean ki te leve soti nan lanmò.
LUK 9:8 Selon kèk lòt Élie ki vin parèt, oswa youn nan ansyen pwofèt yo te leve ankò.
LUK 9:9 Hérode te di: “Mwen menm te fè yo koupe tèt a Jean, men kilès nonm sa a ye, ke m tande tout koze sa yo?” Li te kontinye ap eseye pou l ta kab wè L.
LUK 9:10 Lè apòt yo te retounen, yo te bay Jésus yon istwa de tout sa ki te rive a. Li te fè yo ale avè L, pou yo fè retrèt vè yon vilaj yo rele Betsaïda.
LUK 9:11 Men foul la te konnen sa. Yo te swiv Li, e Li te resevwa yo avèk kè ouvè. Li te kòmanse pale avèk yo sou wayòm syèl la, e te fè gerizon pou sila yo ki te bezwen geri.
LUK 9:12 Alò jou a te kòmanse ap avanse, e douz yo te vin di Li: “Voye foul la ale pou yo kapab ale nan vilaj yo oswa andeyò pou yo twouve lojman. Konsa, yo ka jwenn yon bagay pou yo manje, paske nou isit la nan yon kote ki izole.”
LUK 9:13 Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo.”
LUK 9:14 (Paske te gen anviwon senk-mil moun.) Li te di a disip Li yo: “Fè yo chita nan gwoup de senkant chak.”
LUK 9:15 Konsa yo te fè; yo te fè tout moun chita.
LUK 9:16 Answit, Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni yo. Li te kase yo, e te lonje bay disip yo pou mete devan foul la.
LUK 9:17 Yo te manje jis vant tout moun te plen. E mòso tou kase ke yo te ranmase yo te fè douz panyen byen ranpli.
LUK 9:18 Li te vin rive ke pandan Li t ap priye sèl, disip yo te toupre. Konsa, Li te poze yon kesyon. Li te mande: “Kilès moun pèp la di ke Mwen ye?”
LUK 9:19 Yo te reponn Li, e te di: “Jean-Baptiste, oswa Eli; men lòt yo, youn nan ansyen pwofèt yo ki leve ankò.”
LUK 9:20 Li te mande yo: “Men kilès nou menm, nou di ke Mwen ye”? Pierre te reponn. Li te di: “Kris la a Bondye a.”
LUK 9:21 Men Li te avèti yo avèk severite pou yo pa pale sa a pèsonn.
LUK 9:22 Konsa Li te di: “Fis a Lòm nan va oblije soufri anpil bagay, e va rejte pa ansyen yo, ak chèf prèt yo, ak skrib yo. Li va vin touye, e va vin leve nan twazyèm jou a.”
LUK 9:23 Li t ap di a yo tout: “Si Nenpòt moun vle swiv Mwen, li dwe renonse a pwòp tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.
LUK 9:24 Paske Nenpòt moun ki vle sove vi li va pèdi li, men sila a ki pèdi lavi li pou koz Mwen, se li ki va sove li.
LUK 9:25 “Paske ki avantaj yon nonm gen si li vin genyen tout lemonn, e vinpèdi, pou peye kon pri a, pwòp nanm li?
LUK 9:26 “Paske Nenpòt moun ki wont Mwen, ak pawòl Mwen yo, a li menm, Fis a Lòm nan va wont lè Li vini nan glwa Li, ak glwa a Papa a, e glwa a zanj sen yo.
LUK 9:27 “Men Mwen di nou anverite, gen nan sila yo ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jouk lè ke yo wè wayòm Bondye a.”
LUK 9:28 Anviwon uit jou aprè pawòl sa yo, Li te pran Pierre avèk Jean, avèk Jacques, e te monte nan mòn nan pou priye.
LUK 9:29 Pandan Li t ap priye, aspè figi Li te vin chanje, e vètman Li te vin klere kon blan briyan.
LUK 9:30 Epi gade, de zòm t ap pale avèk Li. Se te Moïse avèk Elie,
LUK 9:31 ki te vin parèt nan glwa, e t ap pale sou afè depa Li, ke Li te prèt pou acheve nan Jérusalem.
LUK 9:32 Alò, Pierre avèk lòt parèy li yo te vin lou ak dòmi. Men lè zye pa yo te vin ouvri, yo te wè glwa Li ak de zòm sa yo ki te kanpe avè L.
LUK 9:33 Konsa, Li te vin rive ke pandan sila yo t ap kite Li, Pierre te di a Jésus: “Mèt, li bon pou nou isit la. Annou fè twa tabènak; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.” Men li pa t fin konprann sa li t ap di a.
LUK 9:34 Pandan li t ap di sa, yon nyaj te fòme. Li te pase yon lonbraj sou yo, epi yo te krent lè yo te antre nan lonbraj la.
LUK 9:35 Answit yon vwa te sòti nan lonbraj la. Li te di: “Sa se fis byeneme Mwen an; koute Li!”
LUK 9:36 Lè vwa a te pale, Jésus te twouve li sèl. Yo te rete an silans, e pa t di pèsonn sa ki te rive nan jou sa yo.
LUK 9:37 Nan jou swivan an, lè yo te desann sòti nan mòn nan, yon gwo foul te rankontre Li.
LUK 9:38 Konsa yon mesye nan foul la te rele fò: “Mèt, mwen sipliye ou pou gade wè fis mwen an, paske se li sèl gason ke m genyen.
LUK 9:39 Yon lespri konn sezi li. Li rele fò, lespri a jete li nan gwo kriz ki fè bouch li kimen, e pandan lespri a ap kite li, li kontinye maspinen l nèt jiskaske li ale.
LUK 9:40 Mwen te sipliye disip ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”
LUK 9:41 Jésus te reponn: “O jenerasyon enkredil, e pèvès! Pou jis kilè M ap avèk nou, pou sipòte nou? Mennen pitit ou a isit la.”
LUK 9:42 Pandan Li t ap pwoche, dyab la te voye l atè, e te jete l nan yon gwo kriz. Men Jésus te repwòche lespri enpi a; Li te geri gason an, e te remèt li bay papa l.
LUK 9:43 Yo tout te etone akoz grandè Bondye. Men pandan tout t ap admire tout sa ke Li t ap fè, Li te di a disip Li yo:
LUK 9:44 “Kite pawòl sa yo penetre nan zòrèy nou; paske Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm.”
LUK 9:45 Men yo pa t konprann pawòl sila a, e sans li te kache a yo menm pou yo pa t kab konprann li. Yo te pè kesyone L sou pawòl sa a.
LUK 9:46 Konsa, yon gwo diskisyon te leve pami yo sou kilès nan yo ki ta pi gran.
LUK 9:47 Men Jésus, byen okouran a sa yo t ap panse nan kè yo a, te pran yon timoun. Li te mete li kanpe akote Li.
LUK 9:48 Li te di yo: “Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a nan non Mwen an resevwa Mwen; e nenpòt moun ki resevwa Mwen, resevwa Papa a, ki te voye Mwen an. Paske sila ki pi piti pami nou an, se li menm ki pi gran.”
LUK 9:49 Jean te reponn. Li te di: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase dyab nan non Ou, e nou te eseye anpeche li akoz ke li p ap swiv ak nou.”
LUK 9:50 Men Jésus te di l: “Pa anpeche lipaske sila ki pa kont nou an pou nou.”
LUK 9:51 Lè jou yo t ap pwoche pou L te leve, li te pran desizyon nèt pou ale Jérusalem.
LUK 9:52 Li te voye mesaje yo devan Li. Konsa, yo te ale antre nan yon vil a Samariten yo, pou fè aranjman pou li.
LUK 9:53 Men yo pa t resevwa Li akoz ke Li t ap vwayaje ak figi Li fikse vè Jérusalem.
LUK 9:54 Lè Jacques avèk Jean te wè sa, yo te di: “Senyè, èske Ou ta vle nou kòmande dife sòti nan syèl la pou devore yo?”
LUK 9:55 Men Li te vire e te reprimande yo: “Nou pa konnen de ki kalite lespri nou ye;
LUK 9:56 paske Fis a Lòm nan pa t vini pou detwi lavi moun, men pou sove yo.” Konsa, yo te kontinye pou ale nan yon lòt vil.
LUK 9:57 Pandan yo t ap prale akote wout la, yon moun te di Li: “Mwen va swiv Ou Nenpòt kote Ou ale.”
LUK 9:58 Jésus te di Li: “Rena yo gen twou yo, e zwazo yo gen nich yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou poze tèt Li.”
LUK 9:59 Konsa, Li te di a yon lòt: “Swiv Mwen”. Men li te di: “Kite m ale avan pou antere papa m.”
LUK 9:60 Men Li te di li: “Kite mò yo antere mò yo; men pou ou menm, alepwoklame toupatou wayòm Bondye a.”
LUK 9:61 Yon lòt osi te di: “Mwen va swiv Ou Senyè; men kite m dabò di orevwa a moun lakay mwen.”
LUK 9:62 Men Jésus te di li: “Nenpòt moun ki mete men li sou cha a pou gade pa dèyè pa dign de wayòm Bondye a.”
LUK 10:1 Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis lòt. Li te voye yo de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.
LUK 10:2 Li t ap di yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo piti. Konsa, sipliye Senyè rekòlt la pou L voye ouvriye nan chan rekòlt Li a.
LUK 10:3 “Ale fè wout nou! Veye byen, Mwen voye nou tankou jenn mouton nan mitan lou.
LUK 10:4 Pa pote bous, ni sak, ni soulye. Pa menm salye pèsonn nan wout la.
LUK 10:5 “‘Nan nenpòt kay ke nou antre, premyèman mande pou Lapè rete sou kay sa a’.
LUK 10:6 Si yon nonm lapè a la, lapè nou va rete sou li; men si li pa la, li va retounen sou nou.
LUK 10:7 Rete nan kay sa a. Manje e bwè sa ke yo mete devan nou; paske ouvriye a dign de salè li. Pa kontinye pase de kay an kay.
LUK 10:8 “Nan Nenpòt vil ke nou antre, e yo resevwa nou, manje sa yo mete devan nou.
LUK 10:9 Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.
LUK 10:10 “Men nan Nenpòt vil ke nou antre, si yo pa resevwa nou, tou ale nan lari yo e di:
LUK 10:11 Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”
LUK 10:12 “Mwen di nou, li va pi tolerab nan jou sa pou Sodome ke pou vil sa a.
LUK 10:13 “Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.
LUK 10:14 “Men li va pi tolerab pou Tyr ak Sidon nan jijman an, pase pou nou menm.
LUK 10:15 “Epi nou menm, Capernaüm, nou p ap egzalte nan syèl la, men nou ap jete anba nan sejou mò yo.
LUK 10:16 “Sila ki koute nou an, koute Mwen; e sila ki rejte nou an, rejte Mwen. E sila ki rejte Mwen an, rejte Sila a ki voye Mwen an.”
LUK 10:17 Swasann-dis yo te retounen avèk jwa. Yo te di: “Senyè, menm dyab yo soumèt a nou menm nan non Ou”.
LUK 10:18 Li te di yo: “Mwen t ap gade Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj.
LUK 10:19 Veye byen, Mwen bannou otorite poumache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.
LUK 10:20 “Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”
LUK 10:21 Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an. Li te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.”
LUK 10:22 Tout bagay te livre a Mwen menm pa Papa M, epèsòn pa konnen ki moun Fis la ye, sof ke Papa a, e ki moun Papa a ye, sof ke Fis la, ak Nenpòt moun ke Fis la revele L.
LUK 10:23 Li te vire vè disip yo Li te di an prive: “Beni se zye ki wè bagay ke nou gen tan wè a.
LUK 10:24 Paske Mwen di nou, ke anpil nan pwofèt avèk wa yo te vle wè bagay ke nou wè yo, men yo pa t wè yo, ni tande bagay ke nou tande yo, e yo pa t tande yo.”
LUK 10:25 Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l nan leprèv. Li te di L: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”
LUK 10:26 Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”
LUK 10:27 Li te reponn: “Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou, e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”
LUK 10:28 Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Fè sa, e ou va viv.”
LUK 10:29 Men li te vle jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”
LUK 10:30 Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.
LUK 10:31 “Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.
LUK 10:32 “Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.
LUK 10:33 “Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon.
LUK 10:34 Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li.
LUK 10:35 Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’
LUK 10:36 “Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”
LUK 10:37 Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.
LUK 10:38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.
LUK 10:39 Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li.
LUK 10:40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”
LUK 10:41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay,
LUK 10:42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”
LUK 11:1 Li te rive ke pandan Li t ap priye nan yon sèten kote, lè L te fini, youn nan disip Li yo te di Li: Senyè, montre nou kijan pou nou priye, menm jan ke Jean osi te montre disip li yo.
LUK 11:2 Li te di yo: “Lè n ap priye, di: ‘Papa nou ki nan syèl la, ke non Ou kapab Sen. Ke wayòm Ou kapab vini. Ke volonte ou kapab fèt sou latè a, menm jan kon nan syèl la.
LUK 11:3 Bannou chak jou pen nou pou jounen an.
LUK 11:4 Konsa, padone peche nou yo, paske nou menm osi padone tout sila ki dwe nou. Pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’”
LUK 11:5 Answit, Li te di yo: “Sipoze ke youn nan nou ta gen yon zanmi, e nou ale kote li a minwi pou di li: ‘Zanmi, prete m twa mòso pen.
LUK 11:6 Mwen gen yon zanmi ki vini, soti nan yon vwayaj, e mwen pa gen anyen pou mete devan l.’
LUK 11:7 Depi anndan, li va di: ‘Pa deranje m! Pòt la fèmen deja. Pitit mwen yo avèk mwen menm deja nan kabann nan, e mwen pa kapab leve pou bay ou anyen.’
LUK 11:8 Mwen di nou, menm si li p ap leve bay li anyen paske li se zanmi li, men akoz pèsistans li, l ap leve pou bay li kont sa li bezwen.
LUK 11:9 “Donk Mwen di nou: Mande, e nou va resevwa. Chache e nou va twouve. Frape, e l ap ouvri bannou.
LUK 11:10 Paske tout moun ki mande, va resevwa. Sila a ki chache, va twouve. E a sila a ki frape, l ap ouvri.
LUK 11:11 “Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon koulèv?
LUK 11:12 Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon?
LUK 11:13 Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”
LUK 11:14 Answit, Li t ap chase yon dyab nan yon bèbè. Lè dyab la te fin sòti, gason bèbè a te pale. Konsa, foul la te etone.
LUK 11:15 Men kèk nan yo te di: “Li chase dyab yo pa Béelzébul, mèt dyab yo.”
LUK 11:16 Gen Lòt yo, pou teste L, t ap mande L yon sign ki sòti nan syèl la.
LUK 11:17 Men Li te konnen panse yo. Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont tèt li va detwi. E yon kay divize kont tèt li ap tonbe.
LUK 11:18 Si Satan osi divize kont tèt li, kijan wayòm li an va kanpe? Paske nou di ke Mwen chase dyab yo pa Béelzébul.
LUK 11:19 Men si Mwen menm pa Béelzébul chase dyab yo, pa kilès fis nou yo konn chase yo? Konsa, se yo menm k ap jij nou yo.
LUK 11:20 Men, si Mwen chase dyab yo ak dwèt Bondye a, alò, wayòm syèl la gen tan vini sou nou.
LUK 11:21 Lè yon nonm fò, plen zam, veye pwòp kay li, byen li yo rete ansekirite.
LUK 11:22 Men lè yon moun avèk plis fòs pase l vin atake l, li bat li, e li retire nan men li tout zam li yo, pou l vin divize piyaj la.
LUK 11:23 Sila ki pa avèk Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa rasanble avè Mwen an, ap gaye.
LUK 11:24 Lè lespri enpi a kite yon nonm, li travèse kote ki sèch pou chache repo. Lè l pa twouve, li di: ‘Mwen va retounen lakay mwen kote m sòti a.’
LUK 11:25 “Lè l vini, li touve l byen bale, e mete an lòd.
LUK 11:26 Answit li sòti pou chache pran sèt lòt dyab pi mal pase li menm, e yo vin antre pou viv la. Konsa, dènye eta a nonm sa a pi mal pase premye a.”
LUK 11:27 Pandan Jésus t ap di bagay sa yo, youn nan fanm yo nan foul la te leve vwa li. Li te di Li: “Beni se vant ki te pote Ou a, e tete kote Ou te souse a.”
LUK 11:28 Men Li te di: “Okontrè, beni se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”
LUK 11:29 Pandan foul la t ap ogmante, Li te kòmanse di: “Jenerasyon sila a se yon jenerasyon pèvès; l ap chache yon sign, men okenn sign p ap bay, sof ke sign a Jonas la.
LUK 11:30 Paske menm jan ke Jonas te vin yon sign pou Ninivit yo, menm jan an Fis a Lòm nan va ye pou jenerasyon sila a.
LUK 11:31 “Rèn Sid la va leve avèk lèzòm a jenerasyon sila a nan jijman, e kondane yo; akoz li menm te vini soti nan lekstremite tè a pou tande sajès a Salomon, e konsa, veye byen, gen yon bagay pi gran pase Salomon isit la.
LUK 11:32 “Lèzòm Niniv yo va kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman an, e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche. Konsa, veye byen, gen yon bagay pi gran ke Jonas isit la.
LUK 11:33 “Pèsòn, lè l fin limen yon lanp pa mete li nan yon kote an kachèt, ni anba yon panyen, men sou yon chandelye, pou sila ki antre yo kapab wè limyè a.
LUK 11:34 “Lanp a kò nou se zye nou. Lè zye nou klè, tout kò nou osi ranpli avèk limyè; men lè l pa bon, kò nou osi ranpli avèk tenèb.
LUK 11:35 “Alò, veye ke limyè nan nou an pa tenèb.
LUK 11:36 “Si donk, tout kò nou ranpli avèk limyè, san tenèb ladann, li va klere nèt, tankou lè lanp klere nou avèk reyon li.”
LUK 11:37 Alò, lè L fin pale, yon Farizyen te mande Li pou dine avè L. Li te antre e te repoze sou tab la.
LUK 11:38 Lè Farizyen an te wè sa, li te etone, paske Li pa t fè devwa lave men L avan manje a.
LUK 11:39 Men Senyè a te di: “Nou menm Farizyen yo netwaye tas la pa deyò, ansanm ak plato a. Men anndan nou ranpli avèk vòl ak mechanste.
LUK 11:40 Nou menm bann ensanse, èske Sila ki te fè deyò a, pa t fè anndan an tou?
LUK 11:41 Men bay sa ki anndan an kòm charite, e konsa tout bagay ap pwòp pou nou.
LUK 11:42 “Men malè a nou menm, Farizyen yo! Paske nou peye ladim, mant, ak lari de tout epis jaden an. Malgre sa, nou neglije lajistis avèk lanmou Bondye. Men bagay sa yo nou te dwe fè, san neglije lòt yo.
LUK 11:43 Malè a nou menm, Farizyen yo! Paske nou renmen chèz a chèf nan sinagòg yo, ak salitasyon respè nan mache yo.
LUK 11:44 Malè a nou menm! Paske nou tankou tonm kache, pou moun mache sou yo san ke yo pa menm konnen.”
LUK 11:45 Youn nan avoka yo te reponn Li: “Mèt, lè Ou di sa, W ap ensilte nou osi.”
LUK 11:46 Konsa, Li te di: “Malè a nou menm, avoka yo osi! Paske nou chaje kò a moun avèk chaj ki lou, pandan nou menm, nou p ap menm manyen chaj sa yo avèk youn nan dwèt nou.
LUK 11:47 “Malè a nou menm! Paske nou bati tonm a pwofèt yo, pandan se zansèt nou yo ki te touye yo.
LUK 11:48 Konsa, nou vin temwen yo, e vin dakò avèk zak a zansèt nou yo. Paske se te yo menm ki te touye yo, e se nou ki bati tonm yo.
LUK 11:49 “Pou rezon sa, sajès a Bondye te di: “Mwen va voye bay yo pwofèt ak apòt. Kèk yo va touye, e kèk yo va pèsekite;
LUK 11:50 jiskaske tout san a pwofèt yo ki te vèse depi fondasyon mond lan kapab chaje kont jenerasyon sila a,
LUK 11:51 soti nan san Abel la, jis rive nan san a Zacharie, ki te peri antre nan lotèl la ak kay Bondye a. Wi, Mwen di nou, li va chaje kont jenerasyon sila a.
LUK 11:52 “Malè a nou menm, avoka yo! Paske yo pran nan men nou kle konesans lan. Nou pa t antre nou menm, e sila ki t ap antre ladann yo, nou te anpeche yo.”
LUK 11:53 Lè L te kite la, skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse vin move anpil. Yo te kesyone L byen pre sou anpil sijè,
LUK 11:54 paske yo t ap eseye fòme yon konplo kont Li pou kenbe L nan yon pawòl ke Li ta petèt pale.
LUK 12:1 Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: “Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.
LUK 12:2 “Men pa gen anyen ki kouvri ki p ap vin parèt, e ki kache ki p ap konnen.
LUK 12:3 Konsa, Nenpòt sa ke nou di nan tenèb va tande nan limyè, e sa nou te pale ak vwa ba, menm nan chanm pa anndan yo va pwoklame sou twati kay yo.
LUK 12:4 “Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè.
LUK 12:5 “Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!
LUK 12:6 “Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye.
LUK 12:7 Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
LUK 12:8 “ Mwen di nou, tout sila yo ki konfese M devan lèzòm, Fis a Lòm nan va konfese l tou devan zanj a Bondye yo;
LUK 12:9 men sila ki refize rekonèt Mwen devan lòm, va rejte devan zanj Bondye yo.
LUK 12:10 “Epi Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, li va padone; men sila ki fè blasfèm kont Lespri Sen an, p ap padone.
LUK 12:11 “Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di;
LUK 12:12 paske Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di.”
LUK 12:13 Yon moun nan foul la te di Li: “Mèt, pale frè m nan pou divize eritaj la avè m.”
LUK 12:14 Men Li te di li: “Mesye, kilès ki te mete M jij oswa medyatè antre nou?”
LUK 12:15 Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”
LUK 12:16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
LUK 12:17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
LUK 12:18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo.
LUK 12:19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
LUK 12:20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
LUK 12:21 “Konsa se mesye a kiranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”
LUK 12:22 Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou.
LUK 12:23 Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.
LUK 12:24 “Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.
LUK 12:25 “Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li?
LUK 12:26 Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?
LUK 12:27 “Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menmSalomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo.
LUK 12:28 Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, o moun ti lafwa piti!
LUK 12:29 “Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pakontinye enkyete nou.
LUK 12:30 Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo.
LUK 12:31 Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.
LUK 12:32 “Pa krent, ti bann mouton an, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.
LUK 12:33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi.
LUK 12:34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
LUK 12:35 “Rete abiye tout tan, byen parèt, avèk lanp nou toujou limen.
LUK 12:36 “Fè tankou mesye k ap tann mèt yo lè l retounen apre fèt maryaj la, pou yo kapab ouvri pòt la imedyatman lè l fin frape.
LUK 12:37 Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis.
LUK 12:38 Menm si l vini nan dezyèm oubyen twazyèm lè nwit lan, e li twouve yo konsa, se beni esklav sa a va ye.
LUK 12:39 “Men, byen konnen sa, ke si mèt kay la te konnen a kilè vòlè a t ap vini, li pa t ap kite l kase kay la.
LUK 12:40 Nou tou, rete vijilan; paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa ta sipoze.
LUK 12:41 “Pierre te di: ‘Senyè, èske W ap bay parabòl sa pou nou, oubyen pou tout lòt yo tou?’”
LUK 12:42 Senyè a te reponn: “Alò, kilès ki se jeran fidèl e abil ke mèt li va mete an chaj tout lòt sèvitè yo, pou bay yo manje yo nan lè li dwe fèt?
LUK 12:43 Beni se esklav sila a ke mèt la twouve ap fè sa lè l vini an.
LUK 12:44 Anverite Mwen di nou ke li va mete li an chaj de tout byen li yo.
LUK 12:45 “Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou;
LUK 12:46 mèt esklav sa a va vini nan yon jou ke li pa prevwa, nan yon lè ke li pa konnen, e li va koupe li an mòso, e mete li yon kote avèk enkwayan yo.
LUK 12:47 “Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt.
LUK 12:48 Men sila ki pa t konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk. “Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.
LUK 12:49 “Mwen vini pou voye dife sou latè; e kijan Mwen ta kontan si li te deja limen!
LUK 12:50 “Men Mwen gen yon batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!
LUK 12:51 “Èske nou sipoze ke Mwen te vini pou bay lapè sou latè? Mwen di nou non, men olye sa, divizyon.
LUK 12:52 Paske depi koulye a, senk moun nan yon kay va divize, twa kont de, e de kont twa.
LUK 12:53 Yo va divize, papa kont fis, e fis kont papa; manman kont fi, e fi kont manman; bèlmè kont bèlfi, e bèlfi kont bèlmè.”
LUK 12:54 Li t ap di anplis a foul la: “Lè nou wè yon nwaj k ap leve nan lwès, imedyatman nou di :‘L ap fè lapli’, e se konsa sa rive.
LUK 12:55 Epi lè nou wè yon van sid k ap soufle, nou di: ‘L ap fè chalè’, e se konsa sa rive.
LUK 12:56 Ipokrit nou ye! Nou konnen kijan pou nou analize aparans a tè a, avèk syèl la, men poukisa nou pa analize tan prezan sila a?
LUK 12:57 “ “Poukisa nou menm pou kont nou pa jije sa ki bon?
LUK 12:58 Paske pandan nou ap rive devan majistra avèk advèsè nou, menm nan wout la, fè yon efò pou antann avè l; pou li pa mennen nou devan jij la, e jij la livre nou a ofisye jistis la, k ap jete nou nan prizon.
LUK 12:59 Mwen di nou, nou p ap sòti la jiskaske nou fin peye dènye santim nan.”
LUK 13:1 Alò, nan menm lè sa a, te gen kèk moun prezan ki te bay Li yon rapò sou Galileyen sila yo, ke Pilate te mele san yo avèk sakrifis pa yo.
LUK 13:2 Jésus te reponn yo: “Èske nou sipoze ke Galileyen sa yo te pi gwo pechè pase tout lòt Galileyen yo akoz yo te soufri sò sa a?
LUK 13:3 Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa.
LUK 13:4 Oubyen èske nou sipoze ke lè tou nan Siloé a te tonbe sou diz-uit yo, e te touye yo, ke yo te koupab pase tout lòt moun ki t ap viv Jérusalem yo?
LUK 13:5 “Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”
LUK 13:6 Li te kòmanse pale parabòl sila a: “Yon sèten mesye te gen yon pye fig frans ki te plante nan chan li. Li te vini pou chache fwi sou li, e li pa t twouve anyen.
LUK 13:7 Konsa, li te di a jeran chan rezen yo: ‘Gade, depi twa lane m ap vini la pou chache fwi, sou pye sila a, san twouve anyen. Koupe retire li nèt! Poukisa menm l ap okipe espas tè a?’
LUK 13:8 Li te reponn pou di l: ‘Kite li nan plas li mesye, pou lane sila a toujou, jis lè ke m fouye tè otou de li pou mete angrè.
LUK 13:9 Si li pote fwi lane pwochèn, sa bon, men si sa pa fèt, koupe l jete.’”
LUK 13:10 Konsa, li t ap enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a.
LUK 13:11 Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.
LUK 13:12 Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”.
LUK 13:13 Li te poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.
LUK 13:14 Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: “Gen sis jou pou travay kapab fèt. Konsa, vini pandan jou sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a.”
LUK 13:15 Men Senyè a te reponn li: “Nou ipokrit, èske nou chak nan Saba a pa demare bèf li, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè?
LUK 13:16 Alò, fanm sa a, yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”
LUK 13:17 Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.
LUK 13:18 Konsa Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li?
LUK 13:19 Se tankou yon grenn moutad ke yon mesye te ale jete nan pwòp jaden li. Li te grandi e li te vin tounen yon pyebwa, epi zwazo anlè yo te vin fè nich nan branch li.”
LUK 13:20 Ankò Li te di: “A kilès pou M ta konpare wayòm syèl la?
LUK 13:21 Se tankou ledven ke yon fanm te pran e mete nan twa mezi farin jiskaske tout te vin leve.”
LUK 13:22 Li t ap pase de yon vil a yon lòt, pou bay enstriksyon pandan Li t ap fè wout Li vè Jérusalem.
LUK 13:23 Konsa, yon moun te di Li: “Senyè, èske se sèlman kèk moun k ap sove?” Li te reponn yo:
LUK 13:24 “Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab.
LUK 13:25 Depi mèt kay la leve efèmen pòt la, epi konsa, n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’. Alò, li va reponn, e va di nou: ‘Mwen pa konnen nou, ni kote nou sòti’.
LUK 13:26 “Konsa, nouva kòmanse di: ‘Nou te manje bwè nan prezans Ou, e Ou te enstwi nan lari nou yo.’
LUK 13:27 “Epi Li va di: ‘Mwen di nou, Mwen pa konnen kote nou sòti. Kite Mwen, nou tout ki fè inikite.’
LUK 13:28 Va gen kriye fò, ak manje dannan plas sa a lè nou wè Abraham, Isaac avèk Jacob ak tout pwofèt yo nan wayòm syèl la, men nou menm, k ap jete deyò.
LUK 13:29 Yova sòti nan lès, ak lwès, e nan nò avèk sid, epi yo va repoze sou tab la nan wayòm syèl la.
LUK 13:30 “Gade byen, genkèk moun ki dènye ki va vin premye, e kèk moun ki premye ki va vin dènye.”
LUK 13:31 Nan menm jou sa a, kèk Farizyen te pwoche. Yo te di L: “Ale kite isit la, paske Hérode vle touye Ou.”
LUK 13:32 Li te reponn yo: “Ale di rena sa a ‘Gade, Mwen chase move lespri yo, e Mwen fè gerizon jodi a, ak demen. Epi nan twazyèm jou a bi m va fin acheve.
LUK 13:33 Malgre sa, Mwen oblije fè wout Mwen jodi a, demen ak jou apre a, paske li pa kapab fèt pou yonpwofèt ta peri andeyò Jérusalem.’”
LUK 13:34 O Jérusalem, Jérusalem, vilki touye pwofèt yo, e lapide sila ki te voye kote li yo! Kijan souvan Mwen te vle rasanble pitit nou yo ansanm tankou yon poul ranmase pitit li yo anba zèl li, men nou pa t fè sa!
LUK 13:35 “Gade, lakay nou rete nan men nou dezole, epi Mwen di nou, nou p ap wè M ankò jiskaske nou di: ‘Beni se Sila a ki vini nan non Senyè a!’”
LUK 14:1 Li te rive ke lè L te antre lakay a youn nan dirijan Farizyen yo, nan Saba a pou manje pen, yo t ap veye L de prè.
LUK 14:2 Epi la devan li, te gen yon nonm ki t ap soufri avèk maladi kò anfle.
LUK 14:3 Konsa, Jésus te reponn e te pale avèk avoka ak Farizyen yo. Li te mande: “Èske se pèmi pou geri nan Saba a oubyen non?”
LUK 14:4 Men yo te rete san pale. Li te kenbe li, geri li, e te voye l ale.
LUK 14:5 Li te di yo: “Kilès nan nou k ap gen yon fis, oswa yon bèf tonbe nan yon pwi, ki p ap imedyatman rale l sòti nan yon jou Saba?”
LUK 14:6 Epi yo pa t kapab reponn sa menm.
LUK 14:7 Alò, Li te kòmanse pale an parabòl a sila ki te envite yo, lè L te wè jan yo t ap chwazi chita nan plas donè sou tab la. Li t ap di yo:
LUK 14:8 “Lè nou envite pa yon moun nan yon fèt maryaj, pa pran plas donè paske yon moun pi distenge pase ou kapab deja envite pa mèt la.
LUK 14:9 Epi sila ki te envite nou toulède a ka petèt vin di ou: ‘Bay plas ou a nonm sila a, e answit akgwo wont, w ap vin okipe dènye plas la’.
LUK 14:10 “Men, lè nou envite, ale chita nan dènye plas la, dekwa ke lè sila a ki te envite nou an vini, li kapab di nou: ‘Zanmivin pi devan’. Konsa, nou va gen onè nan zye a tout moun ki chita sou menm tab sa a avèk nou.
LUK 14:11 “Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”
LUK 14:12 Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: “Lè w ap fè yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.
LUK 14:13 “Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo.
LUK 14:14 Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo.”
LUK 14:15 Lè youn nan sila ki te chita sou tab avèk Li yo te tande sa, li te di Li: “Beni se tout moun ki va manje pen nan wayòm Bondye a!”
LUK 14:16 Men Li te di li: “Yonmesye t ap fè yon gwo bankè, e li te envite anpil moun.
LUK 14:17 Nan lè bankè a, li te voye esklav Li pou di sila ki te envite yo: ‘Vini! Tout bagay pare koulye a.’
LUK 14:18 “Men yo tout ansanm te kòmanse fè eskiz. “Premye a te di li: ‘Mwen achte yon mòso tè, e Mwen bezwen ale wè l. Silvouplè, eskize mwen.’
LUK 14:19 “Yon lòt te di: ‘Mwen fenk achte senk pè bèf kabwa, e mwen pral eseye yo. Silvouplè, eskize mwen.’
LUK 14:20 “Epi Yon lòt te di: ‘Mwen fenk marye ak yon fi, e pou rezon sa a, mwen pa kapab vini.’
LUK 14:21 “Esklav la te retounen rapòte sa a mèt li. Answit mèt kay la te vin fache, e te di a esklav li a: ‘Ale depi koulye a nan tout lari ak wout vil yo, e mennen isit la malere yo, bwate yo, avèg ak kokobe yo.’
LUK 14:22 “Konsa, esklav la te di: “Mèt, sa ou te mande a gen tan fèt, e malgre sa, gen espas toujou.
LUK 14:23 “Mèt la te di a esklav la: ‘Ale nan gran ri yo ak sou kote kloti yo, epi fòse yo antre, pou kay mwen an kapab byen plen.
LUK 14:24 Paske mwen di nou ke pa gen nan moun sila yo ki te envite k ap goute manje mwen an.’”
LUK 14:25 Alò, gwo foul la t ap prale avè l, e Li te vire di yo:
LUK 14:26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.
LUK 14:27 Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.
LUK 14:28 “Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l?
LUK 14:29 Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz.
LUK 14:30 Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’
LUK 14:31 “Oubyen ki wa, lè li pati pou rankontre yon lòt wa nan batay, li p ap dabòkalkile si l ap gen ase de fòs avèk di-mil moun pou rankontre lòt la k ap vin kont li avèk ven-mil?
LUK 14:32 Otreman, pandan lòt la toujou lwen, l ap voye yon delegasyon pou mande kondisyon pou fè lapè.
LUK 14:33 “Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li parenonse ak tout sa li posede.
LUK 14:34 “Konsa, sèl la bon; men si menmsèl la, pèdi gou li, avèk kisa li va reprann gou l.
LUK 14:35 Li initil ni pou tè a, ni pou fimye a; fòk li jete. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.”
LUK 15:1 Alò tout kolektè kontribisyon yo avèk pechè yo t ap vin toupre L pou koute Li.
LUK 15:2 Ni Farizyen yo, ni skrib yo te kòmanse plenyen. Yo t ap di: “Mesye sa a resevwa pechè yo e manje avèk yo.”
LUK 15:3 Donk Li te di yo parabòl sila a. Li te di:
LUK 15:4 “Ki moun pami nou, si li gen yon santèn mouton e li vin pèdi youn, li p ap kite Katreven-diznèf la nan chan patiraj la, pou ale dèyè sila ki pèdi a, jiskaske li twouve l?
LUK 15:5 E lè l twouve li, l ap mete l sou zepòl li, e l ap rejwi.
LUK 15:6 Lè l rive lakay li, l ap rele ansanm tout zanmi avèk vwazen li yo, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve mouton m ki te pèdi a!’
LUK 15:7 “Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.
LUK 15:8 “Oubyen, ki fanm, si li gen dis pyès lajan, e vin pèdi youn nan yo, li p ap limen yon lanp, e bale kay la pou l chache avèk atansyon jiskaske li twouve l?
LUK 15:9 Lè l twouve l, l ap rele tout zanmi li yo ansanm, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve pyès lajan ke m te pèdi a!’
LUK 15:10 “Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwanan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”
LUK 15:11 Ankò li di: “Yon sèten mesye te gen de fis;
LUK 15:12 Pi jenn nan te di a papa li: ‘Papa, ban mpati pa m nan eritaj ki tonbe pou mwen an.’ Donk, li tedivize byen li pami yo.
LUK 15:13 “Pa anpil jou apre, pi jenn fis la te rasanble tout bagay pou te fè yon vwayaj nan yon peyi byen lwen, kote li te gaspiye tout eritaj li a nan yon vi banbòch.
LUK 15:14 Alò, lè l te fin depanse tout, yon gwo grangou te parèt nan peyi sila a, e li te kòmanse vin nan bezwen.
LUK 15:15 Donk, li te ale anplwaye tèt li a yon sitwayen nan peyi sila a, e li te voye li nan chan an pou bay kochon yo manje.
LUK 15:16 Epi li te anvi plen vant li avèk po kochon yo t ap manje yo, e pèsòn pa t bay li anyen.
LUK 15:17 “Men lè li te vin reflechi byen, li te di: ‘Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou.
LUK 15:18 Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou.
LUK 15:19 Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’
LUK 15:20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l. “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li.
LUK 15:21 Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.
LUK 15:22 “Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit potepi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li.
LUK 15:23 Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt.
LUK 15:24 Paske konsa, fis mwen an temouri; koulye a li vivan ankò. Li te pèdi, men mwen jwenn li ankò.’ Epi yo te kòmanse fè fèt la.
LUK 15:25 “Alò, pi gran fis la te nan chan an. Lè li te vin toupre kay la, li te tande mizik avèk moun k ap danse.
LUK 15:26 Li te rele youn nan sèvitè yo, e te kòmanse fè ankèt pou mande kisa bagay sa yo ta kapab ye.
LUK 15:27 “Li te di li: ‘Frè ou a vini, e papa ou touye jenn ti bèf byen gra a, paske li rejwenn li ankò sen e sof.’
LUK 15:28 “Men li te vin fache, e li pa t dakò antre. Papa l te soti. Li te kòmanse plede avè l.
LUK 15:29 “Men li te reponn e te di a papa l: “Gade, pandan konbyen ane m ap sèvi ou, e mwen pa janm neglije yon lòd ou; men malgre sa, ou pa janm ban mwen yon kabrit pou m ta kapab fè fèt avèk zanmi mwen yo.
LUK 15:30 Men lè fis sila a te vini, li menm ki devorebyen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.
LUK 15:31 “Papa a te di l: ‘Fis mwen, ou toujou avè m, e tout sa ke m gen se pou ou.
LUK 15:32 Men nou te dwe fè fèt, e rejwi, paske frè ou sa ate mouri, e li kòmanse ap viv ankò. Li te pèdi, e koulye a, li retwouve.’”
LUK 16:1 Alò, Li t ap osi di a disip yo: “Te gen yon sèten mesye rich ki te gen yon jeran. Konsa, yon rapò te vin rive ke li t apgaspiye byen li yo.
LUK 16:2 Li te rele li, e te di li: ‘Kisa ke m tande sou ou la a? Bay yon kontwòl sou jerans ou, paske ou pa kab jeran ankò.’
LUK 16:3 “Jeran an te di a pwòp tèt li: ‘Kisa m ta fè, paske mèt mwen ap retire jerans lan nan men mwen? Mwen pa gen ase fòs pou m fouye, e mwen wont mande lacharite.
LUK 16:4 Mwen konnen kisa mwen va fè, pou lè yo retire m nan jerans lan, pou moun yo kab resevwa m lakay pa yo a.’
LUK 16:5 “Konsa, li te rele chak moun ki te dwe mèt li a. Li te kòmanse di a premye a: ‘Konbyen ou dwe mèt mwen an?’
LUK 16:6 “Li te di: ‘San mezi lwil’. E li te di li: ‘Pran nòt ou e chita byen vit pou ekri senkant.’
LUK 16:7 “Answit, li te di a yon lòt: ‘Epi konbyen ou dwe? “Li te reponn: ‘San mezi ble.’ E li te di li: ‘Pran nòt ou pou ekri katreven.’
LUK 16:8 “Konsa, mèt la te fè konpliman a jeran enjis la, paske li te aji avèk yon koken sajès. Paske fis a laj sila yo pi koken nan relasyon a moun parèy yo pasefis a limyè yo.
LUK 16:9 “Mwen di nou: “Fè zanmi pou tèt nou pa mwayen arichès enjis yo; pou lè l echwe, yo kapab resevwa nou nan kay ki etènèl yo.
LUK 16:10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.
LUK 16:11 “Donk, si nou pa fidèl nan sèvisrichès enjis yo, kilès ki va konfye nou vre richès yo.
LUK 16:12 Epi si nou pa fidèl nan sèvis ak sa ki pou yon lòt, kilès ki va bannou sa ki pou nou?
LUK 16:13 “Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt; paske swa l ap rayi youn, e renmen lòt la, oswa l ap kenbe a youn e meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye, ak richès yo.”
LUK 16:14 Alò, Farizyen yo ki te renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.
LUK 16:15 Li te di yo: “Nou menm se sila yo ki jistifye pwòp tèt nou nan zye lèzòm, menBondye konnen kè nou. Paske sila ki gen gwo valè pami lèzòm yo, yo abominab nan zye Bondye.
LUK 16:16 “Lalwa avèk pwofèt yo te pwoklame jiska Jean. Depi lè sa a bòn nouvèl a wayòm Bondye a preche, e tout moun ap fòse antre ladann.
LUK 16:17 Men li pi fasil pou syèl la avèk tè a vin disparèt pase pou yon sèl mak oubyen lèt Lalwa ta anile.
LUK 16:18 “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.
LUK 16:19 “Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak len fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.
LUK 16:20 “Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare tekouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng.
LUK 16:21 Li te byen anvi resevwa sèl ti mòso ki t ap tonbe soti sou tab mesye rich la. Anplis menm chen te konn vin pou niche maleng li yo.
LUK 16:22 “Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan senAbraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere.
LUK 16:23 Nanplas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li.
LUK 16:24 Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.
LUK 16:25 “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè.
LUK 16:26 Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’
LUK 16:27 “Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m—
LUK 16:28 Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’
LUK 16:29 “Men Abraham te di: ‘Yo gen Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’
LUK 16:30 “Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’
LUK 16:31 “Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.
LUK 17:1 Li te di a disip Li yo: “Li nesesè ke wòch k ap fè moun chite yo vin parèt, men malè a sila a ke atravè l sa rive!
LUK 17:2 Li ta miyò pou li si yon wòch moulen te pann nan kou li, e te jete nan mitan lanmè, pase ke li ta fè youn nan pitit sa yo vin tonbe.
LUK 17:3 “Fè atansyon! Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l.
LUK 17:4 Epi si li peche kont nousèt fwa pa jou, e retounen vè nou sèt fwa pou di ‘Mwen repanti’, padone l.”
LUK 17:5 Alò, apòt yo te di: “Senyè, fè nou gen plis lafwa!”
LUK 17:6 Senyè a te di: “Si nou te gen lafwa tankou yongrenn moutad, nou ta di a pye sikomò sila a, ‘Derasine ou e ale plante ou nan lanmè;’ konsa, li ta obeyi nou.
LUK 17:7 “Men kilès nan nou, ki te gen yon esklav ki t ap laboure tè a, oswa k ap okipe mouton, ki va di li lè li vini soti nan chan an, vini koulye a pou chita manje?
LUK 17:8 Men èske li p ap di li: ‘Prepare yon bagay pou m manje; mete rad pwòp sou ou, e sèvi m pandan mwen ap manje ak bwè? E aprè, ou va manje e bwè’?
LUK 17:9 Li p ap remèsye esklav la paske li te fè bagay ki te kòmande yo. Èske se pa vre?
LUK 17:10 “Konsa, nou menm tou lè nou fè tout bagay ke yo kòmande nou fè, nou di: ‘Nou se esklav ki pa dign; nou fè sèlman sa ke nou dwe fè.’”
LUK 17:11 Pandan Li te nan wout vè Jérusalem, Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.
LUK 17:12 Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te kanpe a yon distans te rankontre L.
LUK 17:13 Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, Mèt, fè nou gras!”
LUK 17:14 Lè Li te wè yo, Li te di yo: “Ale montre nou menm a prèt yo.” Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.
LUK 17:15 Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò.
LUK 17:16 Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.
LUK 17:17 Jésus te reponn e te di: “Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye?
LUK 17:18 Èske pa t gen youn ki te vire tounen poubay glwa a Bondye sof etranje sila a?”
LUK 17:19 Epi Li te di li: “Leve al fè wout ou. Lafwa ou geri ou.”
LUK 17:20 Alò, lè L te kesyone pa Farizyen yo sou kilè wayòm a Bondye a t ap vini, Li te reponn yo e te di: “Wayòm syèl la p ap vini avèk sign ak mirak pou nou kab wè;
LUK 17:21 ni yo p apdi: ‘Men li isit la!’ Oubyen ‘men li la!’ Paske, veye byen, wayòm syèl la nan mitan nou.”
LUK 17:22 Ankò Li te di a disip yo: “Jou yo ap vini lè nou va anvi wè youn nan jou Fis a Lòm yo, e nou p ap wè l.
LUK 17:23 Yo va di nou: ‘Gade la! Gade isit la!’ Pa ale, e pa kouri dèyè yo.
LUK 17:24 “Paske menm jan ak loray, lè l fè ekleraj nan yon pati nan syèl la briye jis rive nan lòt pati syèl la, se konsa Fis a Lòm nan va ye nan jou Li a.
LUK 17:25 Men dabò, fòk li soufri anpil bagay e rejte pa jenerasyon sila a.
LUK 17:26 “Menm jan ke sa te rive nan tan Noé a, se konsa l ap ye nan jou Fis a Lòm yo.
LUK 17:27 “Yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye e bay nan maryaj jis rive jou ke Noé te antre nan lach la; konsa, delij la te parèt e te detwi yo tout.
LUK 17:28 “Se te menm jan ke sa te rive nanjou Lot yo; yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati.
LUK 17:29 “Men nan jou ke Lot te sòti nan Sodome nan, dife avèk souf te tonbe tankou lapli e te detwi yo tout.
LUK 17:30 “Li va menm jan nan jou ke Fis a Lòm nanap revele a.
LUK 17:31 Nan jou sa a, sila a kisou twati kay, e ki gen byen nan kay la, pa pou desann pou pran yo. Menm jan an, sila ki nan chan an pa pou vire tounen.
LUK 17:32 “Sonje madanm a Lot.
LUK 17:33 “Nenpòt moun ki chache sove lavi li va pèdi li, e Nenpòt moun ki pèdi lavi li va konsève l.
LUK 17:34 “Mwen di nou ke nan nwit sa a, ap gen de moun nan yon sèl kabann; youn ap pran, e lòt la ap rete.
LUK 17:35 Va gen de fanm k ap moulen nan menm kote a. Youn va pran, e lòt la va rete.
LUK 17:36 De mesye va nan chan an. Youn ap pran, e lòt la va rete.”
LUK 17:37 Konsa yo te reponn: “Ki kote, Senyè?” E Li te di yo: “Kotekadav la ye, se la votou yo va rasanble.”
LUK 18:1 Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te dwe priye, e pa dekouraje.
LUK 18:2 Li t ap di: “Te gen nan yon sèten vil, yon jij ki pa t pè Bondye, ni pa trespekte moun.
LUK 18:3 “Alò, Te gen yon vèv nan menm vil sa a, e li te toujou ap vin kote li pou di l: ‘Ban m pwoteksyon kont advèsè mwen an.’
LUK 18:4 “Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, nirespekte moun,
LUK 18:5 menakoz ke vèv sa a anmède m, mwen va bay li pwoteksyon legal. Otreman li ap kontinye vin kote mwen tout tan, e l ap fatige m nèt.’”
LUK 18:6 Epi Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di.
LUK 18:7 Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?
LUK 18:8 “Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, èske Li va twouve lafwa sou latè?”
LUK 18:9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba.
LUK 18:10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
LUK 18:11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a.
LUK 18:12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’
LUK 18:13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
LUK 18:14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
LUK 18:15 Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.
LUK 18:16 Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.
LUK 18:17 “Anverite, Mwen di nou: ‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’”
LUK 18:18 Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”
LUK 18:19 Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl.
LUK 18:20 Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”
LUK 18:21 Li te di: “Tout bagay sa yo mwen fè yo depi nan jenès mwen”.
LUK 18:22 Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”
LUK 18:23 Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris, paske li te gen anpil richès.
LUK 18:24 Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: “Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a!
LUK 18:25 Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”
LUK 18:26 Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”
LUK 18:27 Men Li te di: “Bagay ki pa posib avèk lòm posib avèk Bondye.”
LUK 18:28 Konsa, Pierre te di: “Gade byen, nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”
LUK 18:29 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la,
LUK 18:30 ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.”
LUK 18:31 Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve.
LUK 18:32 Paske Li va livre a etranje yo, e li va moke, maltrete, e y ap krache sou Li.
LUK 18:33 Lè yo fin bat Li avèk fwèt, yo va touye Li. Epi nan twazyèm jou a, l ap leve ankò.”
LUK 18:34 Men disip yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo. Pawòl sa te kache a yo menm, e yo pa t konprann bagay ki t ap pale yo.
LUK 18:35 Pandan Jésus t ap pwoche Jéricho, yon sèten mesye avèg te chita akote wout la pou mande charite.
LUK 18:36 Alò, li te tande foul la ki t ap pase, e te kòmanse mande kisa sa te ye.
LUK 18:37 Yo te reponn Li ke Jésus de Nazareth t ap pase.
LUK 18:38 Konsa, li te kòmanse rele fò, e te di: “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”
LUK 18:39 Sila yo ki t ap dirije chemen an t ap pale sevèman avè l pou fè silans; men li te kriye pi fò, “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”
LUK 18:40 Jésus te kanpe, e te bay lòd pou yo voye l kote Li. Lè l te vin toupre, Li te kesyone l:
LUK 18:41 “Kisa ou vle M fè pou ou?” Epi Li te di: “Senyè, mwen vle vin wè ankò.”
LUK 18:42 Jésus te di li: “Resevwa vizyon ou; lafwa ou fè ou geri.”
LUK 18:43 Imedyatman, li te vin wè ankò. Konsa, li te kòmanse swiv Li e li t ap bay glwa a Bondye. Lè tout moun te wè sa, yo te bay lwanj a Bondye.
LUK 19:1 Li te antre Jéricho e t ap travèse.
LUK 19:2 La te gen yon mesye yo te rele Zachée. Li te chèf a kolektè kontribisyon yo, e li te rich.
LUK 19:3 Zachée t ap fè efò pou ta kab wè kilès Jésus te ye, paske li te piti nan tay.
LUK 19:4 Donk li te kouri devan yo, e li te monte yon pyebwa ki relesikomò pou l ta kapab wè Li, paske Li te gen pou pase pa la.
LUK 19:5 Lè Jésus te rive nan lye a, Li te gade anlè, e te di: “Zachée, fè vit desann, paske jodi a fòk Mwen rete lakay ou.”
LUK 19:6 Li te kouri desann, e te resevwa Li avèk jwa.
LUK 19:7 Lè yo te wè sa, yo tout te kòmanse plenyen pou di: “Li vin rete lakay a yon pechè.”
LUK 19:8 Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”
LUK 19:9 Jésus te di li: “Jodi a delivrans gen tan vini nan kay sa a, paske li menm tou, se yon fis Abraham.
LUK 19:10 Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”
LUK 19:11 Pandan yo t ap koute bagay sa yo, Li te kontinye bay yon parabòl, akoz ke Li te toupre Jérusalem, e yo te sipoze ke wayòm a Bondye a t ap parèt imedyatman.
LUK 19:12 Akoz sa a, Li te di: “Yon sèten prens te vwayaje nan yon peyi byen lwen pou resevwa yon wayòm pou li menm, e answit, pou li retounen.
LUK 19:13 Konsa, li te rele dis nan esklav li yo, e te bay yo dis min, e te di yo: “Fè biznis avèk sa jiskaske Mwen retounen.
LUK 19:14 “Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’
LUK 19:15 “Lè l te retounen, apre li te resevwa wayòm nan, li te kòmande ke esklav sa yo ke li te bay kòb la, vin kote l pou li ta kapab konnen ki biznis yo te reyisi fè.
LUK 19:16 “Premye a te parèt e te di: Mèt, min ou an fè dis min anplis.”
LUK 19:17 “Li te di li: ‘Trè byen fèt, bon esklav! Akoz ke ou fidèl nan yon ti bagay tou piti, vin pran otorite sou dis vil.’
LUK 19:18 “Dezyèm nan te vini, e te di: ‘Min ou an Mèt, li fè senk min anplis.’
LUK 19:19 Li te di li osi: ‘E w ap vin responsab senk vil.’
LUK 19:20 “Yon lòt te vini e te di: ‘Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa;
LUK 19:21 paske mwen te pè ou, akoz ke ou menm se yon moun trè egzijan. Ou ranmase sa ke ou pa t depoze, e rekòlte sa ke ou pa t simen.’
LUK 19:22 “Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen?
LUK 19:23 ‘Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e lè m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?’
LUK 19:24 “Answit li te di a sila ki te kanpe la yo, ‘Tou pran min li an, e bay li a sila ki gen dis la.’
LUK 19:25 “Men yo te di li: ‘Mèt, li gen dis deja.’
LUK 19:26 “Mwen di nou ke a tout moun ki gen, plis y ap resevwa, men a sila a ki pa genyen an, menm sa ke li genyen an va pran nan men l.
LUK 19:27 “Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”
LUK 19:28 Lè L fin pale bagay sa yo, Li te pran devan pou monte vè Jérusalem.
LUK 19:29 Lè L te pwoche Bethphagé ak Béthanie, toupre mòn ki rele Mòn Oliv la, Li te voye de nan disip Li yo devan.
LUK 19:30 Li te di: “Ale nan vil anfas ou a. La, pandan nou ap antre, nou va twouve yon jenn bourik, sou li, moun poko monte menm. Demare l, mennen l vin isit la.
LUK 19:31 Si Nenpòt moun mande nou poukisa nou ap demare li, se konsa nou va reponn: ‘Senyè a gen bezwen li.’”
LUK 19:32 Donk sila ki te voye yo te ale, e yo te twouve li jan ke li te di yo a.
LUK 19:33 Pandan yo t ap demare jenn bourik la, mèt li te mande yo: “Poukisa nou ap demare jenn bourik la?”
LUK 19:34 Yo te di: “Senyè a gen bezwen li.”
LUK 19:35 Yo te mennen l kote Jésus, epi yo te voye rad pa yo sou bourik la, e te mete Jésus sou li.
LUK 19:36 Pandan li t ap prale, yo t ap ouvri rad yo sou wout la.
LUK 19:37 Lè L t ap pwoche toupre kote pou desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo te kòmanse louwe Bondye avèk jwa e avèk yon gran vwa, pou tout mirak ke yo te wè yo.
LUK 19:38 Yo t ap rele: “Beni se Wa a ki vini nan non Senyè a! Lapè nan syèl la, avèk glwa nan trè wo a!”
LUK 19:39 Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la, te di Li: “Mèt, reprimande disip ou yo!”
LUK 19:40 Men Li te reponn e te di: “Mwen di nou, si sila yo rete an silans, menm wòch yo va pran rele.”
LUK 19:41 Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse kriye sou li.
LUK 19:42 Li t ap di: “Si ou te konnen nan jou sa, menm ou menm, bagay ki konn fè lapè! Men koulye a, bagay sa yo kache de zye ou.
LUK 19:43 “Paske jou yo ap vini sou ou lè lènmi ou yo va fè monte yon barikad devan ou, antoure ou, e kwense nou ladann tout kote.
LUK 19:44 Konsa, yo va raze ou a nivo latè avèk zanfan ou tout ladann. Ni yo p ap kite nan ou menm yon wòch sou yon lòt, akoz ke ou pa t rekonèt lè ou te vizite a.”
LUK 19:45 Jésus te antre nan tanp lan e te kòmanse pouse mete deyò sila ki t ap vann yo,
LUK 19:46 Li te di yo: “Li ekri. ‘Lakay Mwen va yon kay lapriyè, men nou fè l vin yon kav vòlè.’”
LUK 19:47 Chak jou Li t ap enstwi nan tanp lan, men chèf prèt ak skrib yo avèk direktè yo pami pèp la t ap eseye detwi Li.
LUK 19:48 Men yo pa t kab twouve anyen ke yo ta kab fè, paske tout pèp la t ap akwoche sou chak pawòl Li te pale.
LUK 20:1 Nan youn nan jou ke Li t ap enstwi pèp la nan tanp lan, e preche bòn nouvèl la, chèf prèt yo avèk skrib yo avèk ansyen yo te vin parèt devan Li.
LUK 20:2 Yo te mande Li: “Fè nou konnen pa ki otorite Ou fè bagay sa yo, oswa se kilès ki te bay Ou otorite sa a?”
LUK 20:3 Jésus te reponn yo: “Mwen ap poze nou yon kesyon, epi fè M konnen:
LUK 20:4 Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oswa nan lòm?”
LUK 20:5 Yo te rezone pami yo, e te di: “Si nou di ‘Nan syèl la’, l ap di: “Ebyen, poukisa nou pa t kwè li?
LUK 20:6 Men si nou di: ‘Nan lòm’, tout pèp la va lapide nou avèk wòch jiskaske nou mouri, paske yo konvenk ke Jean te yon pwofèt.”
LUK 20:7 Konsa, yo te reponn ke yo pa t konnen kote sa sòti.
LUK 20:8 Jésus te reponn yo: “Ni Mwen p ap di nou pa ki otorite ke M fè bagay sa yo.”
LUK 20:9 Li te kòmanse di pèp la parabòl sila a: Yon mesye te plante yon chan rezen. Li te lwe li a kiltivatè yo, e li te ale nan yon vwayaj ki te dire anpil.
LUK 20:10 Nan tan rekòlt la, li te voye yon esklav kote kiltivatè yo pou yo ta kapab bay li kèk nan rekòlt chan an. Men ouvriye ki okipe lyàn rezen yo te bat li, e te voye li ale men vid.
LUK 20:11 Alò, li te eseye voye yon lòt esklav. Yo te bat li tou, e te maltrete l jiskaske se te yon eskandal. Konsa, yo te voye li ale men vid.
LUK 20:12 Konsa, li te eseye voye yon twazyèm. Sila a osi yo te blese e te mete l deyò.
LUK 20:13 Mèt chan an te di: “Kisa pou m ta fè la a? M ap voye fis byeneme mwen an. Petèt yo va respekte li.
LUK 20:14 Men lè ouvriye ki te okipe lyàn rezen yo te wè li, yo te rezone youn avèk lòt konsa: ‘Sa se eritye a. Annou touye li pou eritaj la kapab pou nou.’
LUK 20:15 Donk yo te jete li deyò chan rezen an, e te touye li. Pou sa, kisa mèt chan rezen an ap fè yo?
LUK 20:16 Li va vin detwi ouvriye chan sa yo, e li va bay chan rezen an a lòt.” Lè yo te tande li, yo te di: “Pa janm kite sa fèt!”
LUK 20:17 Alò, Li te gade yo, e te di: “Ebyen sou kilès sa ekri: ‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a; sila a te devni lang prensipal la.’?
LUK 20:18 Tout moun ki tonbe sou wòch sa a, va kraze an mòso; men sou nenpòt moun ke li menm tonbe, l ap gaye li tankou pousyè.”
LUK 20:19 Skrib yo avèk chèf prèt yo te eseye mete men sou Li, nan menm lè sa a, men yo te pè pèp la. Paske yo te byen konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm.
LUK 20:20 Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a.
LUK 20:21 Yo te poze Li kesyon. Yo te mande l: “Mèt, nou konnen ke Ou pale e enstwi byen dwat, ke Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite.
LUK 20:22 Èske Li pèmi pou nou peye taks a César, oubyen non?”
LUK 20:23 Men Li te konprann koken yo. Li te reponn yo:
LUK 20:24 “Montre M yon kòb denye. Se pòtre avèk enskripsyon a kilès moun li genyen?” Yo te di: “César”.
LUK 20:25 Li te di yo: “Pou sa, bay a César sa ki pou César, e a Bondye, sa ki pou Bondye.”
LUK 20:26 Yo pa t kapab kenbe L nan yon pawòl nan prezans a pèp la; e byen etone pa repons Li, yo te vin rete an silans.
LUK 20:27 Alò kèk nan Sadiseyen yo te vin kote L, (sa yo ki di ke pa gen rezirèksyon).
LUK 20:28 Yo te kesyone L, konsa: “Mèt, Moïse te ekri pou nou ke si frè a yon mesye mouri avèk yon madanm, san li pa fè pitit, frè li a ta dwe pran madanm li, e fè reyisi yon posterite pou frè li a.
LUK 20:29 Alò, konsa, te gen sèt frè. Premye a te pran yon madanm, e li te mouri san pitit.
LUK 20:30 Konsa, dezyèm nan,
LUK 20:31 epi twazyèm nan te pran l. Epi menm jan an, tout nan sèt yo te pran l, e tout te mouri san kite pitit.
LUK 20:32 Finalman, fanm nan te mouri tou.
LUK 20:33 Konsa, nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske toule sèt moun yo te genyen li kòm madanm.”
LUK 20:34 Jésus te di yo: “Fis a laj sila yo marye e bay moun nan maryaj.
LUK 20:35 Men sila yo ki konsidere dign pou rive nan laj sila a, e rezirèksyon a mò yo, pa marye, ni yo pa bay moun nan maryaj.
LUK 20:36 Ni, yo pa kapab mouri ankò, paske yo tankou zanj, e se fis a Bondye, fis a rezirèksyon an.
LUK 20:37 Men ke mò yo leve, te montre menm pa Moïse nan pasaj sou touf bwa ki t ap boule a, kote li rele Senyè a Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la ak Bondye a Jacob la. Alò, Li pa Bondye a mò yo, men Bondye a vivan an, pou tout sila ki
LUK 20:38 viv de Li yo.”
LUK 20:39 Kèk nan skrib yo te reponn e te di: “Mèt, Ou pale byen.”
LUK 20:40 Paskeyo pa t gen kouraj pou poze L kesyon sou anyen ankò.
LUK 20:41 Alò Li te di yo, “Kijan sa fèt ke yo di ke Kris la se Fis a David?
LUK 20:42 Paske David, li menm di nan liv Sòm Yo: ‘Senyè a te di a Senyè mwen an, chita bò dwat Mwen,
LUK 20:43 Jiskaske M fè lènmi ou yo yon ti ban pou lonje pye ou.”
LUK 20:44 Konsa, David rele Li Senyè, e kijan se fis Li ke li ye a?’”
LUK 20:45 Pandan tout pèp la t ap koute, Li te di a disip yo:
LUK 20:46 “Fè atansyon de skrib yo ki renmen mache toupatou ak gwo abiman long, e ki renmen salitasyon respè nan mache yo, ak chèz pi enpòtan nan sinagòg yo, ak plas a lonè nan bankè yo;
LUK 20:47 ki devore kay a vèv yo, e pou yo ka pran pòz, yo ofri gwo priyè long yo. Sila yo va resevwa pi gwo kondanasyon.”
LUK 21:1 Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan.
LUK 21:2 Konsa, Li te wè yon sèten vèv pòv ki t ap mete de ti pyès monnen an kwiv.
LUK 21:3 Li te di: “Anverite Mwen di nou, ke fanm pòv sila a te mete plis pase yo tout;
LUK 21:4 paske yo te mete ofrann selon abondans yo; men li menm, nan povrete li, li te mete tout sa li te gen pou l viv.”
LUK 21:5 Alò, pandan kèk moun t ap pale de tanp lan, kijan li te byen dekore avèk bèl bijou, ak kado konsakre yo, Li te di:
LUK 21:6 Pou bagay sa yo ke nou ap gade la a, jou a va vini lè p ap rete yon sèl wòch sou lòt ki p ap chire dekonble.
LUK 21:7 Yo te mande L: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive? Epi ki sign k ap demontre ke yo prèt pou rive?”
LUK 21:8 Li te di: “Veye byen pou nou pa twonpe; paske anpil moun ap vini nan non Mwen, e yo va di: ‘Mwen se Li menm’, e, ‘Lè a toupre’. Pa kouri dèyè yo.
LUK 21:9 Lè nou tande afè lagè, avèk boulvèsman, pa enkyete; paske fòk bagay sa yo rive avan, men lafen an poko ap rive.”
LUK 21:10 Ankò, Li te di yo: “Nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm.
LUK 21:11 Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la.
LUK 21:12 Men avan tout bagay sa yo, yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen.
LUK 21:13 Sa va ouvri yon chemen pou temwayaj nou.
LUK 21:14 Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou.
LUK 21:15 Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti.
LUK 21:16 Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò.
LUK 21:17 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen.
LUK 21:18 Men pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.
LUK 21:19 Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.
LUK 21:20 Men lè nou wè Jérusalem antoure pa lame, nan moman sa a, rekonèt ke dezolasyon li toupre.
LUK 21:21 Answit nan lè sa a, sila ki nan Juda yo va oblije sove pou ale nan mòn yo, sila ki nan mitan vil yo va oblije sòti, e sila ki andeyò yo p ap pou antre nan vil la.
LUK 21:22 Paske jou sa yo se jou vanjans yo, pou tout bagay ki ekri yo kapab vin akonpli.
LUK 21:23 Malè a sila yo k ap pote pitit, ak sila yo ki nouris nan jou sa yo, paske va gen gwo twoub sou tè a, e kòlè sou pèp sila a.
LUK 21:24 Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va foule anba pye pa payen yo jiskaske tan payen yo fin acheve.
LUK 21:25 Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo.
LUK 21:26 Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle.
LUK 21:27 Answit yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa.
LUK 21:28 Men lè bagay sa yo kòmanse fèt, ranje kò nou, e leve tèt nou, paske delivrans nou ap toupre.
LUK 21:29 Answit Li te di yo yon parabòl: Veye byen pye figye frans lan, avèk tout pyebwa yo.
LUK 21:30 Depi yo pouse fèy, nou va wè sa, e nou vakonnen pou kont nou ke gran sezon chalè a toupre kounye a.
LUK 21:31 Menm jan an, nou menm tou, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke wayòm Bondye a toupre.
LUK 21:32 Anverite Mwen di nou, ke jenerasyon sila a p ap pase avan tout bagay sa yo rive.
LUK 21:33 Syèl la avèk tè a va pase, men pawòl Mwen yo p ap pase.
LUK 21:34 Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman.
LUK 21:35 Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a.
LUK 21:36 Men rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”
LUK 21:37 Alò pandan jounen an, Li t ap enstwi nan tanp lan; men nan aswè, Li te konn ale deyò pou pase nwit lan sou mòn ki rele Olivye a.
LUK 21:38 Epi tout pèp la te toujou leve granmmaten pou vin kote Li nan tanp lan pou koute Li.
LUK 22:1 Alò, fèt Pen San Ledven an ki rele Pak Jwif la, t ap pwoche.
LUK 22:2 Konsa, Chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan yo ta kapab mete L a lanmò; paske yo te pè pèp la.
LUK 22:3 Konsa, Satan te antre nan Judas ki te rele Iscariot, ki te konte pami douz yo.
LUK 22:4 Li te sòti, e te diskite avèk chèf prèt avèk ofisye yo sou jan li ta kapab trayi Li a yo menm.
LUK 22:5 Yo te kontan, e te vin dakò pou bay li lajan.
LUK 22:6 Donk, li te antann li avèk yo, e te kòmanse chache yon bon okazyon pou livre Li bay yo kote pa t gen foul moun.
LUK 22:7 Alò, te rive premye jou Pen San Ledven an pandan lè yo te oblije fè sakrifis jenn mouton an.
LUK 22:8 Li te voye Pierre avèk Jean e te di: “Ale prepare Pak la pou nou pou nou kab manje li.”
LUK 22:9 Yo te mande li: “Ki kote Ou vle nou prepare l?”
LUK 22:10 Li te di yo: “Gade, lè nou antre nan vil la, yon mesye k ap pote yon vaz dlo va vin rankontre nou. Swiv li pou antre nan kay kote li antre a.”
LUK 22:11 Nou va di a mèt kay la: “Mèt la di nou, ‘Kote chanm vizitè a kote Mwen kapab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’
LUK 22:12 Epi li va montre nou yon gwo chanm anlè, byen founi. Prepare li la.”
LUK 22:13 Yo te pati e te twouve tout bagay jan li te di yo a. Yo te prepare Pak la.
LUK 22:14 Lè lè a te rive, Li te repoze a tab, e apòt yo te avè L.
LUK 22:15 Li te di yo: “Mwen te seryezman anvi manje Pak sa a avèk nou avan Mwen soufri;
LUK 22:16 paske Mwen di nou, Mwen p ap janm manje li ankò, jiskaske li vin akonpli nan wayòm Bondye a.”
LUK 22:17 Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm.
LUK 22:18 Paske Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen an depi kounye a jiskaske wayòm Bondye a vini.”
LUK 22:19 Lè L te fin pran yon pen e te beni li, Li te kase l. Li te bay yo e te di: “Sa se kò M ki bay pou nou menm. Fè sa nan memwa a Mwen menm.”
LUK 22:20 Menm jan an, Li te pran tas la lè yo te fin manje e te di: “Tas sa se akò nèf de san Mwen an ki vide nèt pou nou.
LUK 22:21 Men gade, men a sila ki trayi Mwen an; li la avè M sou tab la.
LUK 22:22 Paske anverite, Fis a Lòm nan va ale jan sa te deja detèmine a. Men malè a moun ki trayi Li a!”
LUK 22:23 Konsa, yo te kòmanse diskite pami yo kilès nan yo ke li ta kapab ye pou ta fè bagay sa a.
LUK 22:24 Te leve osi yon diskisyon pami yo sou kilès nan yo ki te konsidere kòm pi gran.
LUK 22:25 Men Li te di yo: “Wa a payen yo domine yo, e sila ki gen otorite sou yo, yo rele ‘byenfetè’.
LUK 22:26 Men se pa konsa pou nou menm, men fòk sila a ki pi gran pami nou an vin tankou pi piti a, e direktè a tankou sèvitè a.
LUK 22:27 Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.
LUK 22:28 Nou menm se sila yo ki te kanpe avè M nan touteprèv Mwen yo.
LUK 22:29 Epi menm jan an ke Papa M ban Mwen yon wayòm, Mwen bannou li,
LUK 22:30 pou nou kapab manje e bwè sou tab Mwen nan wayòm Mwen an. Konsa, nou va chita sou douz twòn yo pou jije douz tribi Israël yo.
LUK 22:31 Simon, Simon, veye byen. Satan mande pèmisyon pouvannen ou tankou ble.
LUK 22:32 Men Mwen tepriye pou ou, pou lafwa ou pa pèdi; e pou ou, nan lè ke ou retounen ankò, kab bay frè ou yo fòs.”
LUK 22:33 Men li te di Li: “Senyè, avèk Ou, mwen prepare pou m ale ni nan prizon, ni a lanmò!”
LUK 22:34 Li te reponn: “Mwen di ou, Pierre, ke kòk la p ap gen tan chante jodi a avan ou di twa fwa ke ou pa rekonèt Mwen.”
LUK 22:35 Li te di yo: “Lè Mwen te voye nou deyò san bous, ni sak, ni sapat la, nou pa t manke anyen; se pa sa?” E yo te di: “Non, anyen”.
LUK 22:36 Li te di yo ankò: “Men koulye a, nenpòt moun ki gen yon bous, fòk li pran l avè l; menm jan an tou, yon sak. E nenpòt moun ki pa gen, fòk li vann manto li, pou achte yon nepe.
LUK 22:37 Paske Mwen di nou ke sa ki ekri a oblije akonpli nan Mwen. ‘E Li te konte pami malfektè yo.’ Paskesa ki gen referans a Mwen menm nan gen pou akonpli.”
LUK 22:38 Yo te di: “Senyè, gade, men de nepe.” E Li te di yo: “Sa sifi.”
LUK 22:39 Li te sòti, e te kontinye kòm abitid Li, vè Mòn Olivye a. Disip Li yo osi te swiv Li.
LUK 22:40 Lè L te rive la, Li te di yo: “Priye pou nou pa antre nan tantasyon.”
LUK 22:41 Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye.
LUK 22:42 Li t ap di: “Papa, si se volonte Ou, retire tas sa a sou Mwen; malgre pa selon volonte M, men ke pa W la kapab fèt.”
LUK 22:43 Alò, yon zanj syèl la te parèt a Li menm pou bay Li fòs.
LUK 22:44 Ak gwo toumant, Li t ap priye avèk entansite. Swè Li te vin tankou gwo gout san ki t ap tonbe atè.
LUK 22:45 Lè L te leve soti nan lapriyè, Li te vin kote disip yo e te twouve yo nan dòmi akoz tristès yo.
LUK 22:46 Li te di yo: “Poukisa nou ap dòmi? Leve e priye pou nou pa antre nan tantasyon.”
LUK 22:47 Pandan Li te toujou ap pale, men yon foul te parèt avèk sila ki te rele Judas a, youn nan douz yo, ki t ap mennen yo. Li te pwoche Jésus pou bo L.
LUK 22:48 Men Jésus te di li: “Judas, èske w ap trayi Fis a Lòm nan avèk yon bo?”
LUK 22:49 Lè sila ki te antoure Li yo te wè sa ki t ap fèt la, yo te di: “Senyè, èske n ap frape avèk nepe a”?
LUK 22:50 Konsa, youn nan yo te frape esklav a wo prèt la, e te koupe zòrèy dwat li.
LUK 22:51 Men Jésus te reponn e te di: “Anmwens, kite m fè sa a” epi Li te touche zòrèy la, e te geri li.
LUK 22:52 Jésus te di a chèf prèt avèk ofisye a tanp ki te vini kont Li yo: “Nou vini avèk nepe ak baton tankou nou t ap vini kont yon vòlè?
LUK 22:53 Pandan ke Mwen te avèk nou chak jou nan tanp lan, nou pa t mete men sou Mwen; men lè sa a avèk pouvwa tenèb la se lè pa nou an.”
LUK 22:54 Lè yo te fin arete Li, yo te mennen L ale, e te fè L rive lakay wo prèt la. Men Pierre t ap swiv a yon distans.
LUK 22:55 Apre yo te fin sanble dife nan mitan lakou tribinal la, e te chita ansanm, Pierre te chita pami yo.
LUK 22:56 Alò, yon fi ki t ap sèvi, lè l te wè li nan limyè dife a, li te gade l toupre, e te di: “Mesye sa a te avè L tou, wi.”
LUK 22:57 Men Li te demanti sa, e te di: “Fanm, mwen pa konnen Li.”
LUK 22:58 Yon ti jan pita, yon lòt te wè l, e te di: “Ou menm se youn nan yo tou.” Men Pierre te di: “Mesye, se pa mwen!”
LUK 22:59 Apre anviwon yon èdtan te fin pase, yon lòt mesye te kòmanse ensiste, e te di: “Sètènman mesye sa a te avè l tou, paske li se yon Galileyen.”
LUK 22:60 Men Pierre te di: “Mesye, mwen pa konnen anyen de sa w ap pale a!” E lapoula, pandan li te toujou ap pale, yon kòk te chante.
LUK 22:61 Senyè a te vire gade Pierre. E Pierre te sonje pawòl a Senyè a, jan li te di li a: “Avan kòk la chante jodi a, ou va renye M twa fwa.”
LUK 22:62 Li te sòti deyò, e te kriye byen amè.
LUK 22:63 Alò mesye ki te kenbe Jésus yo t ap moke Li, e bat Li,
LUK 22:64 Konsa, yo te mare kouvri zye Li avèk yon twal, e te di L: “Pwofetize non; se kilès ki frape Ou a?”
LUK 22:65 Yo t ap di anpil lòt bagay kont Li, avèkblasfèm.
LUK 22:66 Lè li te fè jou, Konsèy Ansyen a pèp la te reyini, ni chèf prèt avèk skrib yo. Yo te mennen Li nan chanm konsèy la, e t ap di:
LUK 22:67 “Si Ou menm se Kris la, di nou sa a.” Men Li te di yo: “Si Mwen di nou, nou p ap kwè;
LUK 22:68 epi si Mwen poze nou yon kesyon, nou p ap reponn, ni lage M ale.
LUK 22:69 Men depi koulye a, Fis a Lòm nan va chita sou men dwat a pwisans Bondye a.”
LUK 22:70 Konsa, yo tout te di: “Alò, Ou menm se Fis Bondye a?” Li te reponn yo: “Ou pale sa, paske, Mwen Se.”
LUK 22:71 Answit yo te di: “Kisa nou bezwen anplis kòm temwayaj? Paske nou tande sa nou menm nan pwòp bouch Li!”
LUK 23:1 Alò kon yon sèl kò, yo te leve pou mennen L devan Pilate.
LUK 23:2 Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”
LUK 23:3 Donk Pilate te mande Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Epi Li te reponn li: “Se sa ou di l la”.
LUK 23:4 Answit Pilate te di a chèf prèt yo avèk foul la: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sa a”.
LUK 23:5 Men yo te kontinye ensiste, e t ap di: “L ap boulvèse pèp la, e L ap enstwi yo toupatou nan Juda, kòmanse soti nan Galilée, pou menm rive nan plas sa a.”
LUK 23:6 Men lè Pilate te tande sa, li te mande si mesye sa a te yon Galileyen.
LUK 23:7 Lè l te vin aprann ke Li te anba otorite Hérode, li te voye Li vè Hérode, ki te osi nan Jérusalem nan moman sa a.
LUK 23:8 Alò, Hérode te trè kontan lè l te wè Jésus; paske li te vle wè L depi lontan, akoz ke li t ap tande de Li, e te espere wè l fè kalite mirak ki te fèt pa Li.
LUK 23:9 Li te kesyone Li anpil, men Li pa t reponn li menm.
LUK 23:10 Chèf prèt yo avèk skrib yo te kanpe la, e t ap akize Li avèk vanjans.
LUK 23:11 Epi lè Hérode avèk sòlda li yo, te fin trete L avèk ensolans, e moke L, yo te fè L abiye ak yon bèl manto, e te voye Li retounen bay Pilate.
LUK 23:12 Alò nan menm jou sa a, Hérode avèk Pilate te vin zanmi youn avèk lòt men avan sa, yo te lènmi youn ak lòt.
LUK 23:13 Pilate te rasanble chèf prèt yo avèk ofisye yo avèk pèp la.
LUK 23:14 Li te di yo: “Nou te mennen nonm sa a kote mwen tankou yon moun ki t ap pouse pèp la a rebelyon, e gade byen, selon egzamen ki fèt devan nou, mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li, selon chaj ke nou fè kont Li yo.
LUK 23:15 Non, ni Hérode pa twouve anyen, paske li te voye Li tounen bò kote nou; epi byen gade, anyen ki merite lanmò pa t fèt pa Li.
LUK 23:16 Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.”
LUK 23:17 Alò li te oblije lage pou yo yon prizonye nan fèt la.
LUK 23:18 Men yo te kriye fò tout ansanm, e te di: “Fè nonm sa ale! Libere pou nou Barabbas!”
LUK 23:19 (Li te yon moun ki te jete nan prizon pou yon rebelyon ki te fèt nan vil la, ak pou touye moun.)
LUK 23:20 Pilate, ki te vle lage Jésus, te pale avèk yo ankò,
LUK 23:21 men yo te kontinye kriye fò, e te di: “Krisifye! Krisifye Li!”
LUK 23:22 Li te di yo yon twazyèm fwa: “Poukisa? Ki mal mesye sa a fè? Mwen pa twouve nan Li okenn fot ki mande lanmò. Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.”
LUK 23:23 Men yo te ensiste toujou, e t ap mande ak gwo vwa pou Li krisifye. Epi vwa pa yo te kòmanse vin genyen.
LUK 23:24 Konsa, Pilate te pase lòd ofisyèl pou sede bay yo sa yo te mande a.
LUK 23:25 Li te libere mesye ke yo t ap mande a, ki te jete nan prizon pou rebelyon ak touye moun nan, men li te livre Jésus kon volonte pa yo.
LUK 23:26 Lè yo te mennen L sòti, yo te mete men sou yon Simon de Cyrène ki t ap sòti andeyò, e te mete kwa a sou li pou l ta pote l dèyè Jésus.
LUK 23:27 Yon gran foul nan pèp la t ap swiv Li, avèk fanm yo ki t ap kriye e fè lamantasyon pou Li.
LUK 23:28 Men Jésus, te vin vire vè yo, e te di: “Fi Jérusalem yo, sispann kriye pou Mwen, men kriye pou nou menm, ak pou pitit nou yo.
LUK 23:29 Paske, veye byen, jou yo ap vini lè yo va di: ‘Beni se sila ki esteril yo, e vant ki pa t janm fè pitit yo, ak tete ki pa t janm bay timoun tete yo.’
LUK 23:30 Alò, yo va kòmanse di a mòn yo: ‘Tonbe sou nou, e a ti kolin yo, kouvri nou.’
LUK 23:31 Paske si yo fè bagay sa yo avèk bwa ki vèt, kisa k ap rive lè l sèch.”
LUK 23:32 De lòt mesye ki te kriminèl yo t ap mennen sòti pou mete a lanmò avèk Li.
LUK 23:33 Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.
LUK 23:34 Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.
LUK 23:35 Pèp la te kanpe akote, e t ap gade. Menm ofisye yo t ap moke L, e t ap di: “Li te sove lòt yo, kite Li sove pwòp tèt Li si se Kris a Bondye a, Sila Ke Li Chwazi a.”
LUK 23:36 Sòlda yo osi ki t ap moke Li, te vin kote L, pou ofri Li diven si.
LUK 23:37 Yo t ap di: “Si Ou se Wa a Jwif yo, sove tèt Ou!”
LUK 23:38 Alò te gen yon enskripsyon anwo Li: “Sa Se Wa a Jwif Yo”.
LUK 23:39 Youn nan kriminèl ki te pann yo t ap voye pawòl abizif vè Li; li t ap di: “Èske se pa Kris la Ou ye? Sove tèt Ou, avèk nou!”
LUK 23:40 Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an?
LUK 23:41 Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.”
LUK 23:42 Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”
LUK 23:43 Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan Paradi.”
LUK 23:44 Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè.
LUK 23:45 Solèy la te kache nèt, e vwal tanp lan te chire an de bout.
LUK 23:46 Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.
LUK 23:47 Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.”
LUK 23:48 Alò tout foul la ki te vini ansanm pou espektak sila a, lè yo te wè sa ki te rive a, yo te retounen e t ap bat lestomak yo.
LUK 23:49 Epi tout sila ki te rekonèt Li yo, ak fanm Galilée ki te akonpanye Li yo, te kanpe a yon distans e t ap gade tout bagay sa yo.
LUK 23:50 Yon mesye ki te rele Joseph, yon manm Konsèy la, te yon nonm ki te bon e jis.
LUK 23:51 Li pa t dakò avèk plan yo a. Se te yon mesye ki te soti Arimathée, yon vil a Jwif yo, e li t ap tann vini wayòm Bondye a.
LUK 23:52 Mesye sila a te ale kote Pilate, e te mande kò Jésus.
LUK 23:53 Konsa, li te desann kò li, li te vlope li nan yon twal lèn, e li te depoze li nan yon tonbo ki te fouye nan wòch, kote pèsòn pa t janm te depoze.
LUK 23:54 Se te Jou Preparasyon an, e Saba te prèt pou kòmanse.
LUK 23:55 Alò fanm ki te vini avèk Li yo depi Galilée te swiv, e te wè tonm nan ak jan kò L te depoze a.
LUK 23:56 Answit yo te retounen pou prepare epis avèk pafen. Epi nan Saba a, yo te repoze selon Lalwa a.
LUK 24:1 Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo.
LUK 24:2 Konsa, yo te twouve wòch la woule akote tonm nan,
LUK 24:3 men lè yo te antre, yo pa t twouve kò a Senyè Jésus a.
LUK 24:4 Pandan yo te twouble akoz sa, vwala sibitman, de mesye te kanpe toupre yo a ak yon abiman briyan.
LUK 24:5 Fanm yo te sezi avèk laperèz, e te bese figi yo jis atè. Mesye yo te di yo: “Poukisa nou ap chache Sila ki vivan an pami mò yo?
LUK 24:6 Li pa la, men Li gen tan leve. Sonje jan Li te pale avèk nou pandan Li te toujou Galilée a?
LUK 24:7 Li t ap di ke fòk Fis a Lòm nan livre nan men a moun pechè yo, pou krisifye, e leve ankò nan twazyèm jou a.”
LUK 24:8 Konsa yo te sonje pawòl Li yo.
LUK 24:9 Yo te retounen soti nan tonm nan e te bay rapò a tout bagay sa yo a onz yo ak tout lòt yo.
LUK 24:10 Alò, se te Marie Magdala, Jeanne, Marie, manman a Jacques; anplis, lòt fanm ki te avèk yo, ki t ap pale apòt yo bagay sa yo.
LUK 24:11 Men pawòl sa yo te parèt a yo menm tankou foli, e yo te refize kwè yo.
LUK 24:12 Men Pierre te leve, e te kouri nan tonm nan. Lè l te bese pou gade ladann, li te wè sèlman twal lèn ki te sèvi pou vlope a; epi li te sòti pou rive lakay li byen etone de sa ki te pase a.
LUK 24:13 E konsa, de nan yo t ap prale menm jou sa nan yon vil yo te rele Emmaüs, ki te anviwon a onz kilomèt de Jérusalem.
LUK 24:14 Yo t ap pale youn ak lòt sou tout bagay sa yo ki te fèt.
LUK 24:15 Pandan yo t ap pale ak diskite, Jésus Li menm te pwoche, e te kòmanse mache fè wout la ansanm avèk yo.
LUK 24:16 Men zye pa yo te anpeche yo rekonèt Li.
LUK 24:17 Li te di yo: “Kilès pawòl sa yo ke n ap pataje youn avèk lòt konsa pandan n ap mache a, plen tristès konsa?”
LUK 24:18 Youn nan yo ke yo te rele Cléopas, te reponn e te di Li: “Èske se ou sèl k ap vizite Jérusalem ki pa konnen sa ki te pase isit la nan jou sa yo?”
LUK 24:19 Li te di yo: “Ki bagay”? Epi yo te di Li: “Bagay sou Jésus de Nazareth la, ki te yon pwofèt byen fò nan zèv, ak pawòl nan zye Bondye avèk tout pèp la.
LUK 24:20 Kijan chèf prèt yo avèk dirijan nou yo te livre li kondane a lanmò, e te krisifye Li.
LUK 24:21 Men nou t ap espere ke se te Li ki t ap fè redanmsyon Israël la. Anplis de tout sa, se twazyèm jou a depi bagay sa yo te fèt.
LUK 24:22 Men osi, kèk fanm pami nou te etone nou. Lè yo te nan tonm nan bonè maten an,
LUK 24:23 epi pa t twouve kò Li, yo te vin di ke yo te wè yon aparisyon de zanj ki te di ke Li te vivan.
LUK 24:24 Kèk nan sila ki te avèk nou yo te ale nan tonm nan, e te twouve li vrèman menm jan ke fanm yo te di a; men Li menm, yo pa t wè L.”
LUK 24:25 Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo;
LUK 24:26 Èske li pa t nesesè pou Kris la te soufri bagay sa yo, pou antre nan glwa Li?”
LUK 24:27 Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.
LUK 24:28 Konsa, yo te pwoche vil kote yo t ap prale a, e Li te fè tankou Li t ap prale pi lwen.
LUK 24:29 Men yo te ankouraje Li, e te di L: “Rete avèk nou, paske nwit lan ap pwoche, e jounen an prèt pou fini.” Konsa, Li te antre pou rete avèk yo.
LUK 24:30 Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li.
LUK 24:31 Answit zye yo te vin ouvri e yo te rekonèt Li; epi Li te disparèt devan zye yo.
LUK 24:32 Yo te di youn ak lòt: “Èske kè nou pa t ap boule nan nou pandan Li t ap pale avèk nou sou wout la, pandan Li t ap eksplike nou Ekriti Sen yo?”
LUK 24:33 Epi yo te leve menm lè a; yo te retounen Jérusalem, e yo te twouve onz yo reyini ansanm avèk sila ki te avèk yo.
LUK 24:34 Yo te di yo ke Senyè a vrèman leve, e te parèt a Simon.
LUK 24:35 Yo te kòmanse pataje sa ki te pase nan wout la, ak jan yo te vin konnen Li nan kase pen an.
LUK 24:36 Pandan yo t ap pale bagay sa yo, Li menm te kanpe nan mitan yo, e te di yo: “Ke lapè rete avèk nou.”
LUK 24:37 Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon lespri ke yo te wè a.
LUK 24:38 Epi Li te di yo: “Poukisa nou twouble, e poukisa dout leve nan kè nou?
LUK 24:39 Gade men Mwen, ak pye Mwen, ke se Mwen menm; touche Mwen pou wè, paske yon lespri pa gen chè avèk zo, tankou nou wè ke M genyen an.”
LUK 24:40 Lè l fin di sa, Li te montre yo men Li avèk pye Li.
LUK 24:41 Pandan yo te toujou mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”
LUK 24:42 Yo te bay Li yon mòso pwason boukannen.
LUK 24:43 Li te pran l e te manje l devan yo.
LUK 24:44 Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”
LUK 24:45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo.
LUK 24:46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a.
LUK 24:47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem.
LUK 24:48 Nou menm se temwen a bagay sa yo.
LUK 24:49 Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”
LUK 24:50 Li te mennen yo deyò jiska Béthanie, e Li te leve men L yo, e te beni yo.
LUK 24:51 Pandan Li t ap beni yo, Li te kite yo e te leve monte nan syèl la.
LUK 24:52 Yo menm, lè yo te fin adore Li, yo te retounen Jérusalem avèk gran jwa.
LUK 24:53 Yo te rete nan tanp lan tout tan e yo t ap bay lwanj a Bondye.
JOH 1:1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye.
JOH 1:2 Li te nan kòmansman avèk Bondye.
JOH 1:3 Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt.
JOH 1:4 Nan Li se te lavi, epi lavi se te limyè a lòm.
JOH 1:5 Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.
JOH 1:6 Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean.
JOH 1:7 Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm.
JOH 1:8 Se pa li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.
JOH 1:9 Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun.
JOH 1:10 Li te nan lemond, e lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li.
JOH 1:11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li.
JOH 1:12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li,
JOH 1:13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.
JOH 1:14 E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
JOH 1:15 Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’”
JOH 1:16 Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras.
JOH 1:17 Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.
JOH 1:18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.
JOH 1:19 E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”
JOH 1:20 Li te konfese, li pa t nye, men li te konfese: “Mwen menm se pa Kris la.”
JOH 1:21 Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie? Li te di: “Non mwen pa Li.” “Èske ou menm se Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.”
JOH 1:22 Konsa yo di l: “Kilès ou ye, pou nou kapab bay yon repons a sa ki te voye nou yo? Kisa ou di selon ou menm?”
JOH 1:23 Li te di: “Mwen menm se yon vwa k ap kriye nan savann nan, ‘Fè chemen Bondye a dwat’, kon pwofèt la, Ésaïe te di.”
JOH 1:24 Alò, se te Farizyen yo ki te voye yo.
JOH 1:25 E yo te mande l, e te di l: “Ebyen poukisa w ap batize si se pa Kris la, ni Elie, ni Pwofèt la ou ye?”
JOH 1:26 Jean te reponn yo konsa: “Mwen batize nou avèk dlo, men pami nou, kanpe youn ke nou pa konnen.
JOH 1:27 Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”
JOH 1:28 Bagay sa yo te fèt nan Béthanie, lòtbò Jourdain an, kote Jean t ap batize a.
JOH 1:29 Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan.
JOH 1:30 Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’
JOH 1:31 Epi mwen pa t rekonèt Li, men se pou Li ta kapab fè parèt a Israël, ke m te vini pou batize moun avèk dlo.”
JOH 1:32 Jean te fè temwayaj epi te di: “Mwen wè Lespri a vin desann kon yon toutrèl ki soti nan syèl la epi Li te rete sou Li.
JOH 1:33 Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’
JOH 1:34 Mwen wè, epi mwen fè temwayaj ke sila a se Fis Bondye a.”
JOH 1:35 Ankò jou aprè Jean te kanpe avèk de nan disip li yo,
JOH 1:36 epi li te gade Jésus pandan Li t ap mache. Li te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a!”
JOH 1:37 De disip yo te tande l pale, epi yo te swiv Jésus.
JOH 1:38 Konsa, Jésus te vire pou wè yo t ap swiv Li, e te di yo: “Kisa n ap chache”? Yo te di Li: “Rabbi, ki tradwi vle di ‘Mèt’, se kibò w ap rete?”
JOH 1:39 Li te di yo: “Vini, nou va wè.” Pou sa yo te vini epi te wè kote Li t ap rete. Yo te rete avèk Li jou sa, paske li te vè dizyèm lè.
JOH 1:40 Youn nan de sa yo ki te tande Jean pale epi te swiv Li yo se te Andre, frè a Simon Pierre.
JOH 1:41 Li te twouve premyèman frè li, Simon, e te di Li: “Nou te twouve Mesi a, ki tradwi se Kris la.”
JOH 1:42 Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.
JOH 1:43 Jou apre Li te vle antre nan Galilée, e Li te twouve Philippe. Jésus te di li: “Swiv mwen.”
JOH 1:44 Philippe te sòti nan Bethsaïda, vil André avèk Pierre a.
JOH 1:45 Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: “Nou te twouve sila a ke Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la.”
JOH 1:46 Nathanaël te di l “Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?” Philippe te reponn: “Vini pou wè.”
JOH 1:47 Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: “Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”
JOH 1:48 Nathanaël te di L “Kijan ou fè rekonèt mwen?” Jésus te reponn li: “Avan Philippe te rele ou, pandan ou te anba pye figye a, Mwen te wè ou.”
JOH 1:49 Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se Wa Israël la.”
JOH 1:50 Jésus te reponn Li e te di: “Akoz Mwen te wè ou anba pye figye a, ou kwè? W ap wè pi gwo bagay pase sa yo.”
JOH 1:51 E Li te di li: “Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan.”
JOH 2:1 Nan twazyèm jou a, te gen yon fèt maryaj nan Cana nan Galilée, e manman a Jésus te la.
JOH 2:2 Jésus ansanm ak disip li yo te envite nan maryaj la.
JOH 2:3 Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: “Nanpwen diven ankò.”
JOH 2:4 Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? Lè M poko rive.”
JOH 2:5 Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”
JOH 2:6 La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.
JOH 2:7 Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.
JOH 2:8 Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.
JOH 2:9 Lè chèf sèvitè a te goute dlo a ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a,
JOH 2:10 epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”
JOH 2:11 Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.
JOH 2:12 Aprè sa Li te desann bò kote Capernaüm, Li ansanm avèk manman Li, avèk Frè Li yo, ak disip Li yo. Epi yo te rete la pou kèk jou.
JOH 2:13 Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.
JOH 2:14 Li te jwenn nan tanp lan, sa yo ki t ap vann bèf, mouton, ak toutrèl, avèk sa ki te chita pou fè echanj lajan yo.
JOH 2:15 Konsa, Li te fè yon fwèt avèk kòd, pou te chase yo tout fè yo sòti nan tanp lan, ansanm ak mouton ak bèf yo. Li te vide kòb a sa ki t ap chanje lajan yo, epi te chavire tab yo.
JOH 2:16 A sa yo ki t ap vann toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”
JOH 2:17 Disip Li yo te sonje ke li te ekri “Zèl pou lakay Ou va devore M.”
JOH 2:18 Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: “Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”
JOH 2:19 Jésus te reponn yo: “Detwi tanp sila a, epi nan twa jou Mwen va fè l kanpe ankò.”
JOH 2:20 Jwif yo te reponn: “Li te pran karant-sis ane pou bati tanp sa, epi Ou va fè l kanpe nan twa jou?”
JOH 2:21 Men Li t ap pale sou tanp kò Li a.
JOH 2:22 Akoz sa, lè Li te leve sòti nan lanmò a, disip Li yo te sonje sa, e yo te kwè Ekriti Sen yo, avèk pawòl ke Jésus te pale a.
JOH 2:23 Alò, lè L te nan Jérusalem, nan Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.
JOH 2:24 Men Jésus, pou pati pa L, pa t fè yo konfyans paske Li te konnen tout moun.
JOH 2:25 Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.
JOH 3:1 Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Nicodème, yon chèf a Jwif yo.
JOH 3:2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”
JOH 3:3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”
JOH 3:4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”
JOH 3:5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la.
JOH 3:6 Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri.
JOH 3:7 Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’
JOH 3:8 Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”
JOH 3:9 Nicodème te reponn Li: “Kijan bagay sa yo kapab ye?”
JOH 3:10 Jésus te reponn: “Ou menm se Mèt an Israël epi ou pa konprann bagay sa yo?
JOH 3:11 Anverite, anverite, Mwen di ou, nou pale sa ke nou konnen, e fè temwayaj de sa ke nou konn wè, e ou pa aksepte temwayaj nou.
JOH 3:12 “Si Mwen di ou bagay konsènan latè a, epi ou pa konprann, kijan w ap kwè si Mwen di ou bagay konsènan syèl la.
JOH 3:13 “Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.
JOH 3:14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo,
JOH 3:15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.
JOH 3:16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.
JOH 3:17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
JOH 3:18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
JOH 3:19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
JOH 3:20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt.
JOH 3:21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”
JOH 3:22 Apre bagay sa yo, Jésus avèk disip Li yo te vini nan peyi Judée, e la Li t ap pase tan avèk yo epi t ap batize.
JOH 3:23 Konsa, Jean osi t ap batize nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. E yo t ap vini e t ap batize.
JOH 3:24 Paske Jean potko jete nan prizon.
JOH 3:25 Konsa, te leve yon diskisyon antre disip a Jean yo ak yon Jwif sou afè pirifikasyon.
JOH 3:26 Yo te vin kote Jean pou di l, “Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”
JOH 3:27 Jean te reponn e te di: “Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la.
JOH 3:28 Nou menm se temwen m lè mwen te di: ‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’
JOH 3:29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se jennnonm k ap marye a. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli.
JOH 3:30 Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”
JOH 3:31 Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.
JOH 3:32 Sa ke Li te wè epi tande, se sou sa Li bay temwayaj. Epi pa gen pèsòn ki resevwa temwayaj Li.
JOH 3:33 Sila ki resevwa temwayaj Li mete so li sou sa, ke Bondye vrè.
JOH 3:34 Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Paske Li bay Lespri a san mezi.
JOH 3:35 Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.
JOH 3:36 Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakòlè Bondye va rete sou li.
JOH 4:1 Pou sa, lè Senyè a te konnen Farizyen yo te tande Jésus t ap batize plis disip pase Jean
JOH 4:2 (men Jésus Li menm pa t ap batize, men disip Li yo t ap fè l),
JOH 4:3 li te kite Judée epi te pati ankò pou Galilée.
JOH 4:4 Konsa, Li te oblije pase nan Samarie.
JOH 4:5 Li te vini nan yon vil Samarie yo rele Sychar, toupre moso tè ke Jacob te bay a Joseph, fis li.
JOH 4:6 Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.
JOH 4:7 Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a. Jésus te di l: “Ban M bwè”.
JOH 4:8 Paske disip li yo te ale nan vil la pou achte manje.
JOH 4:9 Konsa, fanm Samaritèn nan te reponn Li: “Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè lè mwen menm se yon fanm Samaritèn?” (Paske Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samaritèn yo.)
JOH 4:10 Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”
JOH 4:11 Li te di L: “Mesye, ou pa gen anyen pou rale l, epi pwi a fon. Ki kote konsa W ap twouve dlo vivan sila a?
JOH 4:12 Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”
JOH 4:13 Jésus te reponn e te di li: “Tout moun ki bwè dlo sila a ap swaf ankò:
JOH 4:14 Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”
JOH 4:15 Fanm nan te di Li: “Mesye, ban m dlo sa a pou m pa swaf, ni pou m pa oblije vin jis isit la pou tire l.”
JOH 4:16 Li te di li: “Ale rele Mari ou, epi vin isit la.”
JOH 4:17 Fanm nan te reponn Li e te di: “Mwen pa gen mari.” Jésus te di li: “Ou pale byen: ‘Mwen pa gen mari.’
JOH 4:18 Paske ou te genyen senk mari, epi sila a ke ou gen koulye a se pa mari ou. Ou pale verite.”
JOH 4:19 Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se yon pwofèt.
JOH 4:20 Papa zansèt nou yo te adore nan mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”
JOH 4:21 Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a.
JOH 4:22 Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.
JOH 4:23 “Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vre adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L.
JOH 4:24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”
JOH 4:25 Fanm nan te di L: “Mwen konnen ke Mesye, (sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. Lè L vini, L ap deklare nou tout bagay.”
JOH 4:26 Jésus te di li: “Mwen Menm k ap pale avèk ou a se Li.”
JOH 4:27 Nan moman sa a, disip Li yo te vini. Yo te etone ke Li t ap pale avèk yon fanm, men pèsòn pa t mande l: “Kisa w ap chache” ni “Poukisa w ap pale avè L.”
JOH 4:28 Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun:
JOH 4:29 “Vin wè yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen fè. Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?”
JOH 4:30 Yo te kite lavil la e t ap vin kote l.
JOH 4:31 Antre tan, disip yo t ap di L: “Rabbi, manje.”
JOH 4:32 Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”
JOH 4:33 Pou sa disip yo t ap di a youn lòt: “Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?”
JOH 4:34 Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.
JOH 4:35 “Èske nou pa konn di: ‘Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?’ Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk rekòlt la.
JOH 4:36 “Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm.
JOH 4:37 Paske nan sila a, pwovèb la vrè: ‘Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.’
JOH 4:38 “Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”
JOH 4:39 Anpil nan Samariten ki sòti nan vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj “Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”.
JOH 4:40 Lè Samariten yo te vin kote L, yo t ap mande Li pou rete avèk yo. Li te rete la pou de jou.
JOH 4:41 Anpil anplis te kwè nan Li akoz pawòl Li.
JOH 4:42 Yo t ap di a fanm nan: “Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se Sovè a mond lan.”
JOH 4:43 Apre de jou Li te kite la, pou ale nan Galilée.
JOH 4:44 Paske Jésus Li menm te bay temwayaj ke yon pwofèt pa gen lonè nan pwòp peyi li.
JOH 4:45 Konsa, lè Li rive nan Galilée, Galileyen yo te resevwa Li, paske yo te wè tout bagay ke Li te fè nan Jérusalem pandan fèt la, pwiske yo tout te ale nan fèt la.
JOH 4:46 Li te vini ankò nan vil Cana nan Galilée, kote Li te fè dlo tounen diven an. Te genyen yon ofisye wayal la, epi fis li te malad nan Capernaüm.
JOH 4:47 Lè Li te tande ke Jésus te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.
JOH 4:48 Pou sa, Jésus te di li: “Anmwenske nou wè sign ak mirak, nou p ap menm kwè.”
JOH 4:49 Ofisye wayal la te di Li: “Mesye, vini avan pitit mwen an mouri.”
JOH 4:50 Jésus te di li: “Ou mèt ale. Pitit ou ap viv.” Mesye a te kwè Jésus epi te sòti.
JOH 4:51 Pandan li t ap desann, esklav li yo te rankontre li pou di li ke pitit la te vivan.
JOH 4:52 Li te mande yo kilè pitit la te kòmanse refè, e yo te di li: “Ayè sou setyèm lè lafyèv la te kite li.”
JOH 4:53 Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: “Pitit ou a ap viv.” E li menm te kwè, epi tout lakay li ansanm avèk li.
JOH 4:54 Sa se te ankò dezyèm sign ke Jésus te fè lè Li te kite Judée pou L antre nan Galilée.
JOH 5:1 Apre bagay sa yo, te gen yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.
JOH 5:2 La nan Jérusalem toupre pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri.
JOH 5:3 Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a.
JOH 5:4 Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye lè dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen.
JOH 5:5 Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.
JOH 5:6 Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”
JOH 5:7 Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”
JOH 5:8 Jésus te di l “Leve, pran kabann ou, epi mache!”
JOH 5:9 Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. Jou sa a se te jou Saba.
JOH 5:10 Pou sa Jwif yo t ap di Li “Se jou Saba a. Li pa pèmi pou ou pote kabann ou konsa.”
JOH 5:11 Men li te reponn yo: “Li menm ki te geri m nan, se Li menm ki di m ‘Pran kabann ou mache.’”
JOH 5:12 Yo te mande li: “Ki moun sa ki te di ou ‘Pran kabann ou mache a?’
JOH 5:13 Men li menm ki te geri pa t konnen ki moun Li te ye, paske Jésus te chape ale pandan yo te gen yon foul sou plas.
JOH 5:14 Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”
JOH 5:15 Nonm nan te ale e te di Jwif yo ke se te Jésus ki te geri li.
JOH 5:16 Alò pou rezon sa a, Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.
JOH 5:17 Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”
JOH 5:18 Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, ki te fè Li vin egal avèk Bondye.
JOH 5:19 Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an.
JOH 5:20 Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone.
JOH 5:21 Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou bay yo lavi, menm jan an Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.
JOH 5:22 “Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men Li te bay tout jijman a Fis la,
JOH 5:23 Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
JOH 5:24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi p ap vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
JOH 5:25 “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.
JOH 5:26 “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm.
JOH 5:27 Li te bay Li otorite pou egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.
JOH 5:28 “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li,
JOH 5:29 epi ap vin parèt. Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.
JOH 5:30 “Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.
JOH 5:31 “Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè.
JOH 5:32 Gen yon lòt moun ki pote temwayaj Mwen, epi M konnen ke temwayaj ke Li pote sou Mwen menm nan vrè.
JOH 5:33 “Ou te voye kote Jean, epi Li te bay temwayaj a verite a.
JOH 5:34 Men temwayaj ke Mwen resevwa a pa sòti nan lòm, men Mwen di nou bagay sa yo pou nou kapab sove.
JOH 5:35 “Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.
JOH 5:36 “Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske zèv ke Papa a te ban M pou acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M.
JOH 5:37 E Papa a ki te voye M nan, Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li.
JOH 5:38 “E nou pa gen pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a.
JOH 5:39 Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.
JOH 5:40 “Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.
JOH 5:41 “Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm.
JOH 5:42 Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lanmou Bondye nan nou menm.
JOH 5:43 “Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M. “Men si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l.
JOH 5:44 Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache glwa a ki sòti sèlman nan sèl Bondye ki genyen an.
JOH 5:45 “Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou.
JOH 5:46 “Paske si nou te kwè Moïse, nou t ap kwè Mwen, paske li te ekri selon Mwen menm.
JOH 5:47 Men si nou pa kwè sa ke li te ekri, kijan nou va kwè pawòl pa Mwen yo.”
JOH 6:1 Apre bagay sa yo, Jésus te ale lòtbò Lamè Galilée a (oubyen Tibériade).
JOH 6:2 E yon gran foul te swiv Li paske yo te wè sign ke Li t ap fè sou sa ki te malad yo.
JOH 6:3 Jésus te monte sou mòn nan, epi la Li te chita avèk disip Li yo.
JOH 6:4 Alò, Pak Jwif la t ap pwoche.
JOH 6:5 Jésus te leve zye Li, e lè L wè yon gran foul ki t ap pwoche Li, te di a Philippe: “Kibò n ap achte pen pou sila yo kapab manje.”
JOH 6:6 Li t ap di L sa pou sonde l. Paske Li menm te konnen deja kisa Li te gen lentansyon pou fè.
JOH 6:7 Philippe te reponn Li: “Fòs pen pou desan denye frè jounalye pou desan jou pa t ap sifi pou chak moun twouve menm yon ti mòso.”
JOH 6:8 Youn nan disip yo, André, frè a Simon Pierre te di L:
JOH 6:9 “Gen yon jènjan isit la ki gen senk pen fèt avèk lòj avèk de pwason, men kisa sa ye pou tout fòs kantite moun sa yo?”
JOH 6:10 Jésus te di: “Fè moun yo chita.” Te gen anpil zèb nan plas sa a. Epi anviwon senk-mil moun te chita.
JOH 6:11 Konsa, Jésus te pran pen yo epi aprè Li te bay Bondye remèsiman, Li te pataje l a tout sa yo ki te chita la. Menm jan tou avèk pwason yo. Tout kantite ke yo te vle.
JOH 6:12 Lè yo te plen, Li te di a disip Li yo, “Ranmase tout mòso ki rete yo pou anyen pa pèdi.”
JOH 6:13 Konsa yo te ranmase yo, e yo te plen douz panyen yo avèk ti mòso fèt pa senk pen lòj ke sa ki t ap manje yo te kite.
JOH 6:14 E pou sa, lè moun yo te wè sign ke Li te fè a, yo te di: “Anverite sa se Pwofèt ki gen pou vini nan lemonn nan.”
JOH 6:15 Lè Jésus apèsi ke yo gen lentansyon pou te vin pran L pa lafòs pou fè L wa, Li te retire kò Li ankò, epi ale nan mòn nan pou kont Li.
JOH 6:16 Alò, lè aswè vini, disip Li yo te ale bò kote lamè a.
JOH 6:17 Yo antre nan yon kannòt, epi yo te travèse lamè a vè Capernaüm. Li te fènwa deja, e Jésus poko te vin kote yo.
JOH 6:18 Lamè a te kòmanse boulvèse akoz yon gwo van ki t ap soufle.
JOH 6:19 Akoz sa, lè yo t ap naje ak zaviwon, a senk o sis kilomèt distans, yo te wè Jésus t ap vin vè kannòt la, tou mache sou dlo a. E yo te pè.
JOH 6:20 Men Li te di yo: “Se Mwen menm. Pa pè.”
JOH 6:21 Konsa, yo te dakò pou resevwa L nan kannòt la. Epi imedyatman, kannòt la rive atè, kote yo t ap ale a.
JOH 6:22 Jou apre a foul la ki te lòtbò lamè a te wè ke pa t gen lòt ti kannòt sof ke youn, epi ke Jésus pa t antre nan kannòt la avèk disip Li yo, men ke yo te kite la pou kont yo.
JOH 6:23 Te gen lòt ti kannòt ki te sòti Tibériade toupre plas kote yo te manje pen an apre Senyè a te bay remèsiman an.
JOH 6:24 Konsa, lè foul la te wè ke Jésus pa t la, ni disip Li yo, yo menm te antre nan ti kannòt yo, e te vini a Capernaüm pou chache Jésus.
JOH 6:25 E lè yo te twouve Li lòtbò lamè a, yo te di L: “Rabbi, kilè ou rive la a?”
JOH 6:26 Jésus te reponn yo e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou, nou pa chache M paske nou te wè sign yo, men paske nou te manje pen, epi te plen.
JOH 6:27 “Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.”
JOH 6:28 E pou sa moun foul la te di Li: “Ki zèv nou kapab fè pou nou menm kapab fè zèv a Bondye?”
JOH 6:29 Jésus te reponn e te di yo: “Sa se zèv a Bondye, ke nou ta kwè nan Sila ke Li voye a.”
JOH 6:30 Pou sa yo te di Li: “Kisa konsa ou fè kon sign, pou nou kapab wè epi kwè ou? Ki zèv ou fè?”
JOH 6:31 “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Kon li ekri a: ‘Li te bay yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje.’”
JOH 6:32 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vre pen ki sòti nan syèl la.
JOH 6:33 Paske pen Bondye a se sila ki desann, sòti nan syèl la, e bay lavi a lemonn lan.”
JOH 6:34 Pou sa yo te di L: “Senyè, toujou bay nou pen sa a”.
JOH 6:35 Jésus te di yo: “Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, p ap janm swaf.
JOH 6:36 “Men Mwen di nou ke nou wè M, e malgre, nou pa kwè.
JOH 6:37 “Tout sa ke Papa a ban Mwen yo ap vin kote Mwen, e sila a ki vin kote Mwen, Mwen p ap janm jete yo deyò.
JOH 6:38 “Paske Mwen pa t desann kite syèl la pou fè pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan.
JOH 6:39 E sa se volonte a Li menm ki te voye M nan, ke nan tout sa ke Li bay Mwen yo, Mwen pa pèdi anyen, men fè li leve nan dènye jou a.
JOH 6:40 Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.”
JOH 6:41 Pou sa, Jwif yo t ap mimire paske Li te di: “Mwen menm se pen ki desann soti nan syèl la.”
JOH 6:42 E yo t ap di: “Se pa Jésus sa a, fis a Joseph la? Èske nou pa konnen ni manman L, ni papa L? Kijan Li di nou koulye a: ‘Mwen sòti nan syèl la’?”
JOH 6:43 Jésus te reponn yo e te di yo: “Pa mimire pami nou menm.
JOH 6:44 Pèsòn pa kapab vini a Mwen menm sof ke Papa a ki te voye M nan atire li, epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.
JOH 6:45 “Li ekri nan pwofèt yo: ‘E yo tout va enstwi pa Bondye.’ Tout sa yo ki te tande epi enstwi pa Papa a, ap vini a Mwen.
JOH 6:46 “Pa gen moun ki konn wè Papa a, sof ke sèl Sila a ki sòti nan Bondye a. Li konn wè Papa a.
JOH 6:47 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè gen lavi etènèl.
JOH 6:48 Mwen se pen lavi a.
JOH 6:49 “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, e yo te mouri.
JOH 6:50 “Sila a se pen ki sòti desann nan syèl la. Pou moun kab manje l epi pa mouri.
JOH 6:51 “Mwen menm se pen vivan ki desann sòti nan syèl la. Si nenpòt moun manje pen sa a, l ap viv jis pou janmen. E pen osi ke M ap bay pou lavi lemonn nan se chè Mwen.”
JOH 6:52 Pou sa Jwif yo te kòmanse diskite youn avèk lòt e te di: “Kijan moun sa kapab bay nou chè Li pou manje?”
JOH 6:53 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite Mwen di nou, anmwenske nou manje chè Fis a Lòm nan, epi bwè san Li, nou pa gen lavi nan nou menm.
JOH 6:54 “Moun ki manje chè M, epi bwè san Mwen, genyen lavi etènèl, epi M ap fè l leve nan dènye jou a.
JOH 6:55 Paske chè M se vre manje a, e san Mwen se vre bwason an.
JOH 6:56 “Moun ki manje chè M epi bwè san Mwen, rete avè M, epi Mwen menm avèk li.
JOH 6:57 Kon Papa vivan an te voye M nan, e Mwen viv akoz Papa a, konsa, moun ki manje M, li menm osi va viv akoz Mwen.
JOH 6:58 “Sa se pen ki desann sòti nan syèl la. Se pa kon papa zansèt yo te manje a, e te mouri. Sila a ki manje pen sila a va viv jis pou janmen.”
JOH 6:59 Bagay sa yo Li te di nan Sinagòg la pandan Li t ap ansegne nan Capernaüm nan.
JOH 6:60 Konsa, anpil nan disip Li yo lè yo te tande sa te di: “Pawòl sa a tèlman difisil. Ki moun ki ka tande sa?”
JOH 6:61 Men Jésus, byen konprann ke yo t ap plenyen konsa, te di yo: “Èske sa fè nou kilbite tonbe?
JOH 6:62 Kisa li ta ye konsa si nou ta wè Fis a Lòm nan k ap monte kote Li te ye oparavan an?
JOH 6:63 “Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.
JOH 6:64 “Men gen nan nou ki pa kwè.” Pwiske Jésus te konnen depi nan kòmansman kilès nan yo ki pa t kwè, epi kilès li te ye ki t ap trayi li a.
JOH 6:65 E Li t ap di: “Pou rezon sa a Mwen te di nou ke pèsòn pa kapab vin kote Mwen, sof ke se Papa a ki pèmèt sa.”
JOH 6:66 Akoz sa a, anpil nan disip Li yo te retire kò yo, e pa t ap mache avèk Li ankò.
JOH 6:67 Pou sa, Jésus te di a douz yo: “Epi nou menm pa vle ale tou?”
JOH 6:68 Simon Pierre te reponn Li: “Senyè, a kibò nou ta ale? Ou gen pawòl lavi etènèl yo.
JOH 6:69 Nou te kwè, epi te vin konnen ke Ou se Li Menm ki Kris la, Fis a Bondye vivan an.”
JOH 6:70 Jésus te reponn yo: “Èske se pa Mwen menm ki te chwazi nou, douz la, epi youn nan nou se yon dyab?”
JOH 6:71 Konsa Li t ap refere a Judas Iscariot, fis a Simon an, paske li menm, youn nan douz yo, t ap vin trayi Li.
JOH 7:1 Apre bagay sa yo, Jésus t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo t ap chache pou touye L.
JOH 7:2 Koulye a, fèt a Jwif yo, Fèt Tonèl yo, t ap pwoche.
JOH 7:3 Frè Li yo te di L: “Kite isit la epi ale nan Judée pou disip pa W yo osi kapab wè zèv ke Ou ap fè yo.
JOH 7:4 Paske pèsòn pa fè anyen nan sekrè lè li vle rekonèt an piblik. Si Ou fè bagay sa yo, Ou bezwen montre Ou menm a tout mond lan.”
JOH 7:5 Paske menm frè Li yo pa t kwè nan Li.
JOH 7:6 Pou sa, Jésus te di yo: “Lè M poko rive, men lè pa nou toujou bon.
JOH 7:7 “Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.
JOH 7:8 “Monte nan fèt la nou menm. Mwen pa ale nan fèt sila a, paske lè Mwen poko fin acheve.”
JOH 7:9 Lè L fin di yo bagay sa yo, Li te rete nan Galilée.
JOH 7:10 Men lè frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè.
JOH 7:11 Konsa, Jwif yo t ap chache pou Li nan fèt la e t ap di: “Kote Li ye?”
JOH 7:12 Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.”
JOH 7:13 Malgre sa, pèsòn pa t pale ouvètman konsènan Li, paske yo te pè Jwif yo.
JOH 7:14 Men se lè yo te rive nan mitan fèt la ke Jésus te monte nan tanp lan, e te kòmanse ansegne.
JOH 7:15 Pou sa, Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”
JOH 7:16 Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: “Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan.
JOH 7:17 “Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen.
JOH 7:18 Sila ki pale pou kont li chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.
JOH 7:19 “Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap chache touye M?”
JOH 7:20 Foul la te reponn Li: “Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”
JOH 7:21 Jésus te reponn yo e te di: “Mwen te fè yon sèl zèv, e nou tout etone.
JOH 7:22 “Sou kont sila a, Moïse te bay nou sikonsizyon (pa paske li te soti nan Moïse, men nan papa zansèt yo), e nan Saba a, nou sikonsize yon moun.
JOH 7:23 Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.
JOH 7:24 “Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”
JOH 7:25 Pou sa, kèk nan pèp Jérusalem la t ap di: “Se pa mesye sila a ke y ap chache touye a?
JOH 7:26 Epi gade, L ap pale devan tout moun, e yo p ap di L anyen. Otorite yo pa petèt sipoze konnen ke sa se Kris La?
JOH 7:27 Men nou menm konnen kote mesye sa a sòti. Men nenpòt lè Kris La vini, pèsòn p ap konnen kote Li sòti.”
JOH 7:28 Akoz sa a, Jésus te rele fò nan tanp lan e te enstwi e te di: “Nou non sèlman konnen Mwen e kote Mwen sòti. Mwen pa t vini pou kont Mwen, men Li menm ki te voye M nan vrè. Li menm ke nou pa konnen an.
JOH 7:29 Mwen konnen Li paske Mwen sòti nan Li, e Li te voye M.”
JOH 7:30 E yo t ap chache pou sezi Li, men pèsòn pa t mete men sou Li, paske lè Li poko te rive.
JOH 7:31 Men anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: “Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?”
JOH 7:32 Farizyen yo te tande foul la ki t ap repete bagay sa yo konsènan Li. Epi chèf prèt yo avèk Farizyen yo te voye ofisye yo pou sezi Li.
JOH 7:33 Pou sa, Jésus te di: “Pou yon ti tan anplis, Mwen avèk nou. Apre, M ap prale a Li menm ki te voye M nan.
JOH 7:34 Nou va chache M, e nou p ap twouve M. E kote Mwen ye, nou p ap kab vini.”
JOH 7:35 Pou sa Jwif yo te di youn ak lòt: “Kote mesye sa a prale pou nou p ap kab twouve L? Ou pa sipoze ke L ap prale nan dyaspora pami Grèk yo, pou l enstwi Grèk yo?
JOH 7:36 Kisa li t ap di la a: ‘Nou va chache M, e nou p ap twouve M; epi Kote Mwen ye, nou p ap kab vini’?”
JOH 7:37 Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè!
JOH 7:38 Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’”
JOH 7:39 Men sa, Li te pale konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.
JOH 7:40 Kèk nan moun yo, lè yo te tande pawòl sa yo, t ap di: “Vrèman, sa se pwofèt la.”
JOH 7:41 Lòt t ap di: “Sa se Kris la”. Men toujou lòt t ap di: “Asireman nou pa ta kwè Kris la ta pral sòti nan Galilée!
JOH 7:42 Èske Ekriti Sen an pa konn di ke Kris la va sòti nan ras David, epi nan Bethléem, vil kote David te ye a?”
JOH 7:43 Konsa, te gen yon divizyon nan foul la akoz Li.
JOH 7:44 Kèk te vle sezi Li, men pèsòn pa t mete men l sou Li.
JOH 7:45 Konsa, ofisye yo te vin kote chèf prèt ak Farizyen yo e te di yo: “Poukisa nou pa t mennen Li?”
JOH 7:46 Ofisye yo te reponn: “Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale.”
JOH 7:47 Pou sa, Farizyen yo te reponn yo: “Èske Li gen tan egare nou menm tou?
JOH 7:48 Èske gen pami gwo chèf Farizyen yo ki kwè nan Li?
JOH 7:49 Men foul sa a ki pa konnen Lalwa, gen madichon.”
JOH 7:50 Nicodème (ki te vin kote Li avan an, epi te youn nan yo) te di yo:
JOH 7:51 “Lalwa pa nou pa jije yon moun avan ke premyèman li tande li epi konnen ki sa li fè. Èske sa konn fèt?”
JOH 7:52 Yo te reponn li e te di: “Èske ou menm sòti nan Galilée tou? Egzamine Lekriti yo epi ou va wè ke nanpwen pwofèt ki sòti nan Galilée.”
JOH 7:53 E tout moun ale lakay yo.
JOH 8:1 Men Jésus te ale nan Mòn Oliv la.
JOH 8:2 Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E Li te chita, pou kòmanse enstwi yo.
JOH 8:3 Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.
JOH 8:4 Yo te di Li: “Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm.
JOH 8:5 Epi nan Lalwa Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?”
JOH 8:6 Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.
JOH 8:7 Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: “Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li.”
JOH 8:8 Ankò Li te bese e te kòmanse ekri atè a.
JOH 8:9 Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a.
JOH 8:10 Jésus te leve, e te di li: “Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?”
JOH 8:11 Li te di: “Pa youn, Senyè.” Jésus te di “Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, pa peche ankò.”
JOH 8:12 Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”
JOH 8:13 Pou sa, Farizyen yo te di Li: “Ou fè temwayaj pwòp tèt ou. Konsa temwayaj Ou pa vrè.”
JOH 8:14 Jésus te reponn e te di yo: “Menmsi Mwen pote pwòp temwayaj pa M, temwayaj Mwen vrè, paske Mwen konnen kote Mwen sòti, e kote M ap prale, men nou pa konnen kote Mwen sòti, ni kote M ap prale.
JOH 8:15 “Nou menm nou jije pa lachè, men Mwen p ap jije pèsòn.
JOH 8:16 Men menmsi Mwen jije, jijman Mwen vrè, paske Mwen pa sèl, men Mwen avèk Li menm ki te voye M nan.
JOH 8:17 “Menm nan lalwa pa w la Li te ekri ke temwayaj a de moun vrè.
JOH 8:18 Mwen se Sila ki pote temwayaj pou pwòp tèt Mwen menm, e anplis, Papa a ki te voye M nan pote temwayaj sou Mwen.”
JOH 8:19 Pou sa yo te di Li: “Kote Papa ou?” Jésus te reponn yo: “Nou pa konnen ni Mwen, ni Papa M. Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou.”
JOH 8:20 Pawòl sa yo Li te pale nan trezò a, pandan Li t ap enstwi nan tanp lan. Men pèsòn pa t sezi Li, paske lè Li poko te rive.
JOH 8:21 Li te di yo ankò: “M ap prale, e nou va chache M, e va mouri nan peche nou. Kote M ap prale, nou p ap kab vini.”
JOH 8:22 Pou sa, Jwif yo t ap di: “Asireman Li p ap vin touye tèt Li. Konsi l ap di ‘Kote m ap prale, nou p ap kab vini?’”
JOH 8:23 Li t ap di yo: “Nou sòti pa anba, men Mwen sòti pa anwo. Nou a mond sila a; Mwen pa a mond sila a.
JOH 8:24 Pou sa, Mwen te di nou ke nou tout va mouri nan peche nou yo. Paske anmwenske nou kwè ke Mwen menm se Sila a, nou va mouri nan peche nou yo.”
JOH 8:25 Epi yo t ap di Li: “Ki moun Ou ye?” Epi Jésus te di yo “Menm sa a Mwen t ap di nou depi nan kòmansman.
JOH 8:26 Mwen gen anpil bagay pou pale e pou jije konsènan nou. Sinon, Li menm ki te voye M nan vrè. E bagay ke M te tande de Li yo, sa yo Mwen pale a lemonn.”
JOH 8:27 Yo pa t konprann ke Li t ap pale avèk yo konsènan Papa a.
JOH 8:28 Pou sa, Jésus te di yo: “Lè nou leve Fis a Lòm nan, nou va konnen ke Mwen menm se Li menm, e ke M pa fè anyen pou kont Mwen, men Mwen pale bagay sa yo tankou Papa a te enstwi Mwen.
JOH 8:29 E Li ki te voye M nan avèk Mwen. Li pa t kite M pou kont Mwen, paske Mwen toujou fè bagay ki fè L kontan.”
JOH 8:30 Pandan Li t ap pale, anpil moun te vin kwè nan Li.
JOH 8:31 Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen.
JOH 8:32 E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”
JOH 8:33 Yo te reponn Li: “Nou se pitit Abraham. Nou pa t janm esklav a pèsòn. Kijan ou kapab di ‘nou va vin lib?’”
JOH 8:34 Jésus te reponn yo “Anverite, anverite, Mwen di nou, tout moun ki fè peche se esklav a peche a.
JOH 8:35 “Epi esklav la p ap toujou rete nan kay la, men Fis la ap toujou la.
JOH 8:36 Se pou sa, si Fis la fè nou lib, nou ap vrèman lib.
JOH 8:37 “Mwen konnen ke nou se pitit Abraham, men nou ap chache touye M, paske pawòl Mwen pa gen plas nan nou.
JOH 8:38 Mwen pale bagay ke M gen tan wè avèk Papa M. E nou menm tou fè bagay ke nou te tande de papa pa nou.”
JOH 8:39 Yo te reponn Li e te di: “Abraham se Papa nou”. Jésus te di yo: “Si nou se pitit Abraham, fè zèv Abraham yo.
JOH 8:40 Men jan li ye a, nou ap chache pou touye M, yon nonm ki di nou laverite ke M te tande depi nan Bondye. “Sila a, Abraham pa t janm fè.
JOH 8:41 Nou ap fè pwòp zèv papa nou.” Yo te di Li: “Nou pa t fèt kon pitit deyò. Nou gen yon sèl papa, Bondye.”
JOH 8:42 Jésus te di yo: “Si Bondye te Papa nou, nou ta renmen M, paske Mwen sòti nan Li, e se nan Li ke M vini. Mwen pa vini pou kont Mwen, men se Li ki voye M.
JOH 8:43 “Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab tande pawòl Mwen.
JOH 8:44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
JOH 8:45 “Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M.
JOH 8:46 Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?
JOH 8:47 “Sila ki se pou Bondye, tande pawòl a Bondye. Men nou pa tande, paske nou pa pou Bondye.”
JOH 8:48 Jwif yo te reponn e te di Li: “Èske nou pa di vrèman ke Ou se yon Samariten epi ke Ou gen yon move lespri?”
JOH 8:49 Jésus te reponn: “Mwen pa gen yon move lespri. Men Mwen onore Papa M, e nou dezonore M.
JOH 8:50 Men Mwen pa chache glwa pa M. Men gen youn ki chache, epi ki jije.
JOH 8:51 “Anverite, anverite Mwen di nou, si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.”
JOH 8:52 Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’
JOH 8:53 Anverite Ou pa pi gran pase Papa zansèt nou, Abraham ki te mouri an? Pwofèt yo te mouri tou. Ki moun menm Ou fè pretansyon ke Ou ye?”
JOH 8:54 Jésus te reponn yo: “Si Mwen bay glwa a Mwen menm, glwa sa a pa anyen. Se Papa M ki fè M resevwa glwa. De kilès ke ou di M: ‘Li se Bondye Nou.’
JOH 8:55 “Nou poko vin rekonèt Li, men Mwen menm, mwen konnen Li. Si Mwen di ke M pa konnen L, Mwen ta yon mantè tankou nou menm, men Mwen vrèman konnen Li, e kenbe pawòl Li.
JOH 8:56 “Papa zansèt nou, Abraham te rejwi pou wè jou sa a, e Li te wè l, e te ranpli avèk jwa.”
JOH 8:57 Pou sa, Jwif yo te di L: “Ou poko gen senkant ane, e Ou te gen tan wè Abraham?”
JOH 8:58 Jésus te di yo “Anverite, avan Abraham te la, Mwen se.”
JOH 8:59 Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp lan.
JOH 9:1 Pandan Li t ap pase, Li te wè yon nonm ki te avèg depi nesans Li.
JOH 9:2 Konsa, disip Li yo te mande: “Rabbi, kilès ki te peche. Mesye sa, oswa paran li yo pou li ta fèt avèg?”
JOH 9:3 Jésus te reponn: “Se pa mesye sila, ni paran li yo. Men se te pou zèv a Bondye ta kapab parèt nan Li.
JOH 9:4 Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay.
JOH 9:5 Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se limyè lemonn.”
JOH 9:6 Lè L di sa, Li krache atè, e te fè ajil avèk krache a, e te mete l sou zye li.
JOH 9:7 Li te di l: “Ale lave nan basen Siloé a” (ki te vle di “voye”). Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.
JOH 9:8 Vwazen yo ak sa yo ki te konn wè l lè l te konn mande charite, t ap di, “Se pa li menm ki te konn chita mande a?”
JOH 9:9 Lòt t ap di: “Se li menm”, men lòt toujou te di “Non, men li byen sanble li”. Li menm t ap di toujou, “Mwen menm se li”.
JOH 9:10 Pou sa yo te di li: “Ebyen, kijan zye ou te louvri?”
JOH 9:11 Li te reponn yo: “Nonm nan yo rele Jésus a te fè labou epi te fè yon onksyon pou zye m, epi Li di mwen: ‘Ale nan Siloé a epi lave’. Konsa, Mwen te ale lave, epi mwen te wè.”
JOH 9:12 Yo te mande li: “Kote Li?” Li te reponn yo: “Mwen pa konnen”.
JOH 9:13 Yo te mennen sila a ki te avèg la devan Farizyen yo.
JOH 9:14 Alò, se te nan jou Saba ke Jésus te fè ajil la e te louvri zye li.
JOH 9:15 Ankò konsa, Farizyen yo t ap mande li kijan li te vin wè, epi li te di yo: “Li aplike ajil sou zye m, e mwen te lave, e mwen wè”.
JOH 9:16 Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li pa kenbe Saba a.” Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.
JOH 9:17 Ankò, yo te di a moun avèg la: “Kisa ou di pou Li, konsi se Li menm ki ouvri zye ou yo?” Li te di: “Li se yon pwofèt.”
JOH 9:18 Jwif yo pa t kwè ke li te avèg pou l te vin wè, jis lè yo rele paran a sila a ki te resevwa vizyon li.
JOH 9:19 Yo te kesyone yo konsa e te mande: “Èske sa se pitit ou, ke ou di te fèt avèg la? Ebyen, kijan li wè koulye a?”
JOH 9:20 Paran li te reponn yo epi te di: “Nou konnen ke sa se pitit nou, e ke li te fèt avèg.
JOH 9:21 Men kijan li wè koulye a, nou pa konnen. Mande li. Li rive sou laj li. Li ka pale pou kont li.”
JOH 9:22 Paran li te pale konsa paske yo te krent Jwif yo. Pwiske Jwif yo te deja dakò ke si nenpòt moun te konfese L kon Kris la, yo ta mete l deyò nan sinagòg la.
JOH 9:23 Pou rezon sa a, paran li yo te di: “Li rive sou laj li. Mande li.”
JOH 9:24 Konsa yon dezyèm fwa yo te rele nonm nan ki te avèg la, epi te di li: “Bay glwa a Bondye, nou konnen ke mesye sa a se yon pechè.”
JOH 9:25 Pou sa, li reponn yo: “Si L se yon pechè, mwen pa konnen, men yon bagay mwen konnen. Ke m te avèg, e koulye a mwen wè.”
JOH 9:26 Yo te mande l konsa: “Kisa Li te fè ou? Kijan Li te ouvri zye ou?”
JOH 9:27 Li te reponn yo: “Mwen te di nou sa deja, men nou pa t koute m. Poukisa nou vle tande sa ankò? Èske nou vle vin disip Li yo tou?”
JOH 9:28 Konsa, yo te joure li e te di: “Ou se disip Li, men nou se disip a Moïse.
JOH 9:29 Nou konnen ke Bondye te pale a Moïse, men pou mesye sila a, nou pa konnen kote Li sòti.”
JOH 9:30 Mesye a te reponn yo e te di: “Men yon choz byen etonan. Ke nou pa konnen kote Li sòti, men Li te ouvri zye mwen.
JOH 9:31 Nou konnen ke Bondye pa tande pechè yo, men si nenpòt moun gen lakrent Bondye, e fè volonte L, l ap koute li.
JOH 9:32 Depi kòmansman tan an, nou pa janm tande ke pèsòn ouvri zye a yon moun ki te fèt avèg.
JOH 9:33 Si moun sa a pa t sòti nan Bondye, Li pa t kab fè anyen.”
JOH 9:34 Yo te reponn li e te di: “Ou te fèt nèt nan peche! Èske ou ap enstwi nou?” Konsa, yo te mete l deyò.
JOH 9:35 Jésus te tande ke yo te mete l deyò. E Li te twouve li e te di: “Èske ou kwè nan Fis a Lòm nan?”
JOH 9:36 Li te reponn: “Se kilès Li ye, Senyè, pou m kab kwè nan Li?”
JOH 9:37 Jésus te di li: “Non sèlman ou konn wè L deja, men se Li menm k ap pale avèk ou.”
JOH 9:38 Li di: “Senyè, mwen kwè!” E li te adore Li.
JOH 9:39 Jésus te di: “Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”
JOH 9:40 Sila nan Farizyen yo ki te avèk Li te tande bagay sa yo e te di Li: “Èske se nou menm ki avèg tou a?”
JOH 9:41 Jésus te reponn yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”
JOH 10:1 Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki pa antre nan pak mouton an pa pòt la, men monte pou l antre yon lòt jan, li menm se yon vòlè ak yon brigan.
JOH 10:2 Men moun ki antre pa pòt la se bèje mouton yo.
JOH 10:3 Pou li menm, gadyen pòt la va ouvri, epi mouton yo tande vwa l. Li rele pwòp mouton li yo pa non yo, e mennen yo deyò.
JOH 10:4 Nenpòt lè L fè soti tout sa ki pou li yo, li ale devan yo, e mouton yo swiv li, paske yo rekonèt vwa li.
JOH 10:5 Men yon etranje, yo p ap janm swiv li, men ap sove ale kite li, paske yo pa rekonèt vwa etranje yo.
JOH 10:6 Kalite pawòl sa a, Jésus te sèvi pou pale avèk yo, men yo pa t konprann bagay sa yo ke Li t ap di yo.
JOH 10:7 Pou sa, Jésus te di yo ankò, “Anverite, anverite, Mwen di nou, Mwen menm se pòt la pou mouton yo.
JOH 10:8 Tout sa yo ki te vini avan M se vòlè ak brigan, men mouton yo pa t tande yo.
JOH 10:9 “Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.
JOH 10:10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi. “Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
JOH 10:11 “Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.
JOH 10:12 “Sila a ki se yon ouvriye jounalye epi pa yon bèje, ki pa mèt mouton yo, wè lou ap vini epi li kouri kite mouton yo. Lou a vin pran yo, epi gaye yo.
JOH 10:13 Li sove ale, paske se yon ouvriye jounalye, e afè mouton pa konsène l.
JOH 10:14 “Mwen se bon bèje a. Mwen rekonèt sa yo ki pou Mwen, e pa Mwen yo rekonèt Mwen.
JOH 10:15 Menm jan ke Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.
JOH 10:16 “Epi Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk Mwen mennen yo tou. Epi yo va tande vwa M. Yo va vini yon sèl pak avèk yon bèje.
JOH 10:17 “Pou rezon sa a, Papa a renmen M, paske Mwen bay lavi Mwen pou M kab reprann li ankò.
JOH 10:18 Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”
JOH 10:19 Konsa te leve yon divizyon pami Jwif yo akoz pawòl sa yo.
JOH 10:20 Anpil t ap di: “Li gen yon dyab epi Li fou. Poukisa nou ap koute Li?”
JOH 10:21 Lòt t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl a yon move lespri. Yon dyab p ap kab ouvri zye a yon moun ki avèg. Nou ta kwè sa?”
JOH 10:22 Nan lè sa, Fèt Dedikasyon an t ap pase nan Jérusalem.
JOH 10:23 Se te nan tan livè, epi Jésus t ap mache nan tanp lan sou galeri Salomon an.
JOH 10:24 Pou sa, Jwif yo te rasanble antoure Li, epi t ap di Li: “Pou konbyen de tan W ap kenbe nou an sispann? Si ou menm se Kris la, fè nou konnen klè.”
JOH 10:25 Jésus te di yo: “Mwen te di nou, e nou pa kwè M. Zèv ke M fè nan non Papa M yo, sa yo fè temwayaj de Mwen.”
JOH 10:26 Men nou pa kwè, paske nou pa mouton Mwen yo.
JOH 10:27 “Mouton pa M yo tande vwa M, e yo swiv Mwen.
JOH 10:28 E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.
JOH 10:29 “Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a.
JOH 10:30 Mwen avèk Papa a se youn.”
JOH 10:31 Jwif yo te leve pran wòch ankò pou lapide L.
JOH 10:32 Jésus te reponn yo: “Mwen te montre nou anpil bon zèv ki te sòti nan Papa a. Pou kilès ladan yo n ap lapide M nan?”
JOH 10:33 Jwif yo te reponn: “Pou bon zèv, nou pa lapide Ou, men pou blasfèm nan. Paske Ou menm ki se yon nonm, pran poz ke se Bondye ou ye.”
JOH 10:34 Jésus te reponn yo: “Èske li pa te ekri nan Lalwa pa w la ke: ‘Mwen di ke se dye yo nou ye’?
JOH 10:35 “Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje),
JOH 10:36 èske ou di a Li menm, Sila a ke Papa a te fè sen, epi voye nan lemonn nan: ‘W ap blasfeme’ akoz Mwen di ke Mwen menm se Fis Bondye a?
JOH 10:37 “Si Mwen pa fè zèv a Papa M, pa kwè M.
JOH 10:38 Men si M fè yo, malgre ou pa kwè M, kwè zèv yo pou ou kapab konnen epi konprann ke Papa a nan Mwen, e Mwen nan Papa a.”
JOH 10:39 Pou sa, yo t ap chache ankò pou kenbe L, men Li te evite men yo.
JOH 10:40 Li te ale ankò lòtbò Jourdain an nan plas kote Jean te premye konn batize a. Li te demere la.
JOH 10:41 Anpil te vin kote L e t ap di: “Malgre Jean pa t fè yon sign, tout bagay li te di selon mesye sa a se te vrè.”
JOH 10:42 Anpil moun te kwè nan Li la.
JOH 11:1 Alò, yon sèten mesye te malad. Lazare a Béthanie, vilaj kote Marie ak sè li Marthe te rete a.
JOH 11:2 Se te sè Lazare, Marie ki te onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad.
JOH 11:3 Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, sila ke ou renmen an malad.”
JOH 11:4 Men lè Jésus te tande sa, Li te di: “Maladi sa a se pa a lanmò, men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li.”
JOH 11:5 Konsa, Jésus te renmen Marthe ak sè li, ak Lazare.
JOH 11:6 Pou sa, lè L tande ke Li te malad, Li te rete de jou anplis nan plas kote Li te ye a.
JOH 11:7 Apre sa, Li te di a disip Li yo: “Annou ale nan Judée ankò.”
JOH 11:8 Disip Li yo te di Li: “Rabbi, fenk koulye a Jwif yo t ap eseye lapide Ou, epi W ap prale la ankò?”
JOH 11:9 Jésus te reponn yo: “Èske pa gen douz è de tan nan yon jounen? Si yon moun mache nan lajounen, li p ap chape tonbe, paske li wè limyè a mond sila a.
JOH 11:10 Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li.”
JOH 11:11 Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: “Zanmi nou Lazare gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka fè l leve nan dòmi.”
JOH 11:12 Konsa, disip Li yo te di L: “Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè.”
JOH 11:13 Alò Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vre dòmi.
JOH 11:14 Pou sa, Jésus te di yo byen klè: “Lazare gen tan mouri,
JOH 11:15 e pou koz pa nou, Mwen kontan ke M pa t la pou nou kapab kwè. Annou ale kote l.”
JOH 11:16 Pou sa, Thomas, ke yo rele osi Didyme, te di disip parèy li yo: “Annou ale avèk Li pou nou kapab mouri avè L.”
JOH 11:17 Konsa, lè Jésus te vini, Li te twouve ke Li te deja nan tonm nan depi kat jou.
JOH 11:18 Béthanie te prè Jérusalem. Anviwon twa kilomèt distans.
JOH 11:19 Anpil nan Jwif yo te deja vin kote Marthe ak Marie pou konsole yo konsènan frè yo.
JOH 11:20 Pou sa, lè Marthe te tande ke Jésus t ap vini, li te ale rankontre Li. Men Marie te toujou chita nan kay la.
JOH 11:21 Konsa, Marthe te di a Jésus: “Senyè, si Ou te la, frè m nan pa t ap mouri.
JOH 11:22 Menm koulye a, mwen konnen ke nenpòt bagay ke Ou mande Bondye, Bondye ap bay Ou li.”
JOH 11:23 Jésus te di li: “Frè ou ap leve ankò.”
JOH 11:24 Marthe te reponn Li: “Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”
JOH 11:25 Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri.
JOH 11:26 E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”
JOH 11:27 Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”
JOH 11:28 Lè li te di sa, li te ale, e te rele Marie, sè li, e te di l apa: “Mèt la rive, e L ap mande pou ou.”
JOH 11:29 E lè li tande sa, li te leve vit, epi t ap vin kote Li.
JOH 11:30 Jésus poko te rive nan bouk la, men te toujou nan plas kote Marthe te rankontre Li a.
JOH 11:31 Jwif yo ki t ap konsole li nan kay la te wè l leve vit e sòti. Epi yo sipoze ke li t ap ale nan tonm nan pou kriye.
JOH 11:32 Konsa, lè Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: “Senyè, si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri.”
JOH 11:33 Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble.
JOH 11:34 Li te di: “Kibò nou mete Li?” Yo te di Li: “Senyè, vin wè.”
JOH 11:35 Jésus te kriye.
JOH 11:36 E Jwif yo t ap di: “Gade kijan Li te renmen l.”
JOH 11:37 Men kèk nan yo te di: “Èske nonm sila a ki te louvri zye a sa ki te avèg la, pa t kab anpeche moun sa a mouri osi?”
JOH 11:38 Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon kav e yon wòch te apiye sou Li.
JOH 11:39 Jésus te di: “Retire wòch la.” Marthe, sè mò a te di Li: “Senyè, pou lè sa, li va santi. Li la depi kat jou.”
JOH 11:40 Jésus te di li: “Èske Mwen pa t di ou ke si Ou kwè, ou va wè glwa Bondye?”
JOH 11:41 Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus te leve zye Li e te di: “Papa, Mwen remèsye Ou ke Ou tande M.
JOH 11:42 Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”
JOH 11:43 Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: “Lazare, sòti deyò.”
JOH 11:44 E sila ki te mouri an te sòti byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e yon twal ki te vlope figi li. Jésus te di yo: “Demare l epi lage l.”
JOH 11:45 Pou sa, anpil nan sa ki te vin kote Marie yo, e ki te wè sa Li te fè a, te kwè nan Li.
JOH 11:46 Men kèk nan yo te ale nan Farizyen yo e te di yo sa ke Jésus te fè a.
JOH 11:47 Konsa, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te konvoke yon gran konsèy. Yo t ap di: “Kisa n ap fè, pwiske nonm sila a ap fè anpil sign.”
JOH 11:48 “Si nou kite Li kontinye konsa, tout moun ap kwè nan Li, epi Women yo ap vin pran ni plas nou, ni nasyon nou.”
JOH 11:49 Men youn nan yo, Caïphe, ki te granprèt pou lane sila a, te di yo: “Nou pa konnen anyen,
JOH 11:50 ni nou pa kontwole ke li ta meyè pou nou si yon moun ta mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri.”
JOH 11:51 Alò li pa t di sa pou kont li, men akoz ke li te wo prèt nan lane sa a, li t ap fè pwofesi ke Jésus t ap mouri pou nasyon an.
JOH 11:52 E pa sèlman pou nasyon sila a, men ke Li ta kab ranmase ansanm pou fè yon sèl, tout pitit Bondye ki te gaye a letranje yo.
JOH 11:53 Depi jou sa, yo t ap fè plan pou touye L.
JOH 11:54 Pou sa, Jésus pa t ankò mache an piblik pami Jwif yo, men te kite la pou ale nan peyi toupre dezè a, nan yon vil yo rele Éphraïm. Li te rete la avèk disip Li yo.
JOH 11:55 Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye.
JOH 11:56 Konsa, yo t ap di youn ak lòt pandan yo kanpe nan tanp lan: “Kisa nou panse. Èske Li p ap menm vini nan fèt la?”
JOH 11:57 Alò, chèf prèt yo ak Farizyen yo te bay lòd pou si nenpòt moun te konnen kote Li te ye, yo dwe bay rapò pou yo ta kab sezi L.
JOH 12:1 Pou sa a, sis jou avan fèt la Jésus te vini nan Béthanie, kote Lazare, moun Li te fè leve sòti nan lanmò a te ye a.
JOH 12:2 Konsa, yo te prepare yon manje pou li la. Marthe t ap sèvi, men Lazare te youn nan yo ki te sou tab avèk Li.
JOH 12:3 Nan lè sa a, Marie te pran yon liv pafen yo rele na ki te koute trè chè, e te vide sou pye a Jésus e te siye yo avèk cheve li. Kay la te ranpli avèk sant pafen sa a.
JOH 12:4 Men Judas Iscariot, youn nan disip Li yo, ki te gen lentansyon pou trayi Li, te di:
JOH 12:5 “Poukisa pafen sila a pa t vann pou twa san denye, pou yo ta bay malere yo?”
JOH 12:6 Alò, li pa t di sa paske li te konsène pou malere yo, men paske se te yon vòlè li te ye. Epi konsi li te responsab lajan nan bwat kès la, li te konn piyaje sa ke yo mete ladann.
JOH 12:7 Pou rezon sa a, Jésus te di “Pa deranje l, li te konsève sa a pou jou lantèman M.
JOH 12:8 Paske malere yo ap toujou avè w, men Mwen, ou p ap toujou genyen M.”
JOH 12:9 Konsa, gran foul Jwif yo te dekouvri ke Li te la, e yo te vini non sèlman akoz Jésus, men pou yo ta ka wè Lazare ke Li te leve sòti nan lanmò a.
JOH 12:10 Men chèf prèt yo te mete tèt yo ansanm pou yo ta kapab anplis mete Lazare a lanmò.
JOH 12:11 Paske akoz li menm, anpil nan Jwif yo t ap kite e t ap kwè nan Jésus.
JOH 12:12 Nan jou aprè a, yon gran foul ki te vini nan fèt la, lè yo tande ke Jésus t ap vini nan Jérusalem,
JOH 12:13 te pran branch pye palmis, e te ale rankontre Li, e te kòmanse kriye “Ozana, ozana, beni sila a ki vini nan non Senyè a, Wa Israël la.”
JOH 12:14 Jésus te twouve yon jenn bourik e te chita sou li. Tankou li ekri,
JOH 12:15 “Pa pè, O fi a Sion. Gade byen, Wa ou ap vini, byen chita sou yon jenn bourik.”
JOH 12:16 Nan kòmansman, disip Li yo pa t konprann bagay sa yo, men lè Jésus te resevwa glwa, Yo sonje ke yo te ekri sou Li e ke yo te fè L bagay sa yo.
JOH 12:17 Konsa, pèp la ki te avè L lè Li te rele Lazare deyò nan tonm nan, e te fè l leve sòti nan lanmò a, t ap toujou fè temwayaj de Li.
JOH 12:18 Pou koz sa, foul la te ale rankontre Li, paske yo te tande ke Li te fè sign sila a.
JOH 12:19 Akoz sa a, Farizyen yo te di youn ak lòt: “Nou wè ke nou p ap fè anyen ki bon. Gade, lemonn ap kouri dèyè Li.”
JOH 12:20 Konsa, te gen sèten Grèk pami yo ki t ap monte pou adore nan fèt la.
JOH 12:21 Yo te ale kote Philippe ki te sòti nan Bethsaïda nan Galilée, e te kòmanse mande li: “Mesye, nou vle wè Jésus.”
JOH 12:22 Philippe te vin di André. E André ak Philippe te di Jésus sa.
JOH 12:23 Jésus te reponn yo e te di: “Lè a rive pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa.
JOH 12:24 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sof ke yon grenn ble tonbe nan tè epi mouri, li rete pou kont li, men si li mouri, l ap fè anpil fwi.
JOH 12:25 Moun ki renmen vi li va pèdi l, e moun ki rayi vi li nan mond sa a va konsève li jiska lavi etènèl.
JOH 12:26 “Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, fòk li swiv Mwen. E kote Mwen ye, la sèvitè Mwen va ye tou. Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, Papa a va onore li.
JOH 12:27 “Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a.
JOH 12:28 Papa, ke non Ou kapab resevwa glwa!” Yon vwa te sòti nan syèl la: “Mwen te non sèlman bay li glwa a, men Mwen va bay li glwa ankò.”
JOH 12:29 Foul la ki te kanpe la epi te tande sa, te di ke yo tande loraj. Lòt yo te di: “Yon zanj pale avèk Li.”
JOH 12:30 Jésus te reponn e te di: “Vwa sa a pa t vini pou kòz pa M, men pou kòz pa nou.
JOH 12:31 Koulye a jijman vini sou mond sa a. Koulye a mèt mond sa a va jete deyò.
JOH 12:32 E Mwen, si Mwen gen tan leve wo anwo tè a, Mwen va atire tout moun kote Mwen menm.”
JOH 12:33 Men Li te di sa pou montre ki kalite mò Li ta pral mouri an.
JOH 12:34 Pou sa, foul la te reponn Li: “Nou te tande nan Lalwa ke Kris la ap la jis pou janmen. E kijan ou kapab di: ‘Fis a Lòm nan oblije leve wo?’ Kilès Fis a Lòm sila a?”
JOH 12:35 Akoz sa, Jésus te di yo: “Pou yon ti tan anplis, limyè a pami nou. Mache pandan nou gen limyè a, pou tenèb la pa gen tan pran nou. Sila ki mache nan tenèb la pa konnen kote l ap prale.
JOH 12:36 Pandan nou gen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vini fis a limyè a.” Bagay sa yo Jésus te pale, epi Li ale kache kò Li pou yo pa jwenn Li.
JOH 12:37 Men malgre ke Li te fè tout sign sa yo devan yo, toujou yo pa t kwè nan Li.
JOH 12:38 Pou pawòl a pwofèt la, Ésaïe, ta kapab akonpli lè l te di: “Senyè, kilès ki kwè nan rapò nou? E a kilès bra Letènèl la devwale?”
JOH 12:39 Pou rezon sa, yo pa t kab kwè. Paske Ésaïe te di ankò:
JOH 12:40 “Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di, sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo, epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”
JOH 12:41 Bagay sa yo, Ésaïe te di paske li te wè glwa Li, e akoz ke li te wè glwa Li, li te pale sou Li.
JOH 12:42 Malgre sa, menm anpil nan gran chèf yo te kwè nan Li, men akoz Farizyen yo, yo pa t konfese sa a, akoz krent ke yo ta vin mete deyò nan sinagòg la.
JOH 12:43 Paske yo te gen lanvi pou lwanj a lòm olye lwanj Bondye.
JOH 12:44 Jésus te kriye e te di: “Sila a ki kwè nan Mwen, pa kwè nan Mwen, men nan Li menm ki te voye Mwen an.
JOH 12:45 Sila a ki wè M, wè Li menm ki te voye Mwen an.
JOH 12:46 Mwen te vini kon yon limyè nan mond lan, pou tout moun ki kwè nan Mwen pa rete nan tenèb.
JOH 12:47 “Si nenpòt moun tande pawòl Mwen yo, e pa kenbe yo, Mwen pa jije li. Paske Mwen pa t vini nan lemonn pou jije lemonn, men pou sove lemonn.
JOH 12:48 “Sila a ki rejte Mwen, epi pa resevwa pawòl Mwen yo, gen youn k ap jije li. Pawòl ke Mwen te pale a se li k ap jije li nan dènye jou a.
JOH 12:49 “Paske Mwen pa t pale pou kont Mwen, men Papa a, Li menm, ki te voye M te kòmande Mwen kisa pou M pale, e kisa pou M di.
JOH 12:50 E Mwen konnen ke kòmandman Li se lavi etènèl. Pou sa, se konsa Mwen pale; menm sa ke Papa a di Mwen yo, konsa Mwen pale.”
JOH 13:1 Alò, avan Fèt Pak Jwif la, Jésus te byen okouran ke lè Li te rive epi ke Li t ap kite mond sa a pou ale kote Papa a. Konsa Li te renmen moun pa Li yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo jiska lafen.
JOH 13:2 Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.
JOH 13:3 Jésus, byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye,
JOH 13:4 te leve nan soupe a. Li te retire gwo vètman Li. Li te pran yon twal e te vlope l nan kò Li.
JOH 13:5 Li te vide dlo nan basen an e te kòmanse lave pye a disip Li yo, e siye yo avèk twal ki te vlope L la.
JOH 13:6 E konsa, lè L rive nan Simon Pierre, li te di Li: “Senyè, w ap lave pye mwen?”
JOH 13:7 Jésus te reponn e te di Li: “Sa ke M ap fè la a koulye a, ou p ap konprann, men pita, ou va konprann.”
JOH 13:8 Pierre te di Li: “Ou p ap janm lave pye mwen!” Jésus te reponn li: “Si Mwen pa lave ou, ou p ap gen pati nan Mwen.”
JOH 13:9 Simon Pierre te di Li: “Senyè, pa sèlman pye mwen, men anplis men mwen ak tèt mwen.”
JOH 13:10 Jésus te di li: “Sila a ki gen tan benyen sèlman bezwen lave pye li. Men tout rès li pwòp. Nou menm nou pwòp, men pa tout pami nou.”
JOH 13:11 Paske Li te konnen kilès ki t ap trayi Li, e pou rezon sa a Li te di: “Se pa tout nan nou ki pwòp.”
JOH 13:12 Konsa, lè Li te lave pye yo, e te reprann vètman Li yo, Li te apiye sou tab la ankò, e te di yo: “Èske nou konnen kisa Mwen gen tan fè nou la a?
JOH 13:13 Nou rele M ‘Mèt’, epi ‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye.
JOH 13:14 Pou sa, si Mwen, Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt.
JOH 13:15 Paske Mwen te bay nou yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou.
JOH 13:16 “Anverite, anverite, Mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la.
JOH 13:17 Si nou konnen bagay sa yo, nou beni si nou fè yo.
JOH 13:18 “Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’
JOH 13:19 “Depi koulye a, M ap di nou avan li rive, pou lè li rive, nou kapab kwè ke Mwen menm se Li.
JOH 13:20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye, resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an.”
JOH 13:21 Lè Jésus te fin di sa, Li te vin twouble nan lespri L, e te fè temwayaj e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M.”
JOH 13:22 Disip yo te kòmanse gade youn a lòt, san okenn lide sou kilès nan yo Li t ap pale a.
JOH 13:23 Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la.
JOH 13:24 Konsa, Simon Pierre te fè l siyal, e te di li: “Di nou kilès nan nou ke L ap pale a.”
JOH 13:25 Sila ki te apiye sou pwatrin Jésus a, e te di Li: “Senyè, kilès li ye?”
JOH 13:26 Pou sa, Jésus te reponn: “Sila a ke M ap bay mòso pen ke M pral tranpe bay li a.” Lè L tranpe mòso a Li te pran li bay Judas, fis a Simon Iscariot.
JOH 13:27 Epi apre mòso a, Satan te antre nan li. Konsa, Jésus te di l: “Sa w ap fè a, fè vit.”
JOH 13:28 Pèsòn pami sa yo sou tab la pa t konnen pou ki rezon Li te di l sa.
JOH 13:29 Kèk te sipoze ke se te akoz Judas te gen bwat kès la, epi ke Jésus t ap di l: “Ale achte bagay nou bezwen pou fèt la,” oubyen petèt ke li ta dwe bay kèk choz a malere yo.
JOH 13:30 Apre li te resevwa mòso a, li te sòti nan menm moman an. E li te lannwit.
JOH 13:31 Konsa, lè l gen tan ale, Jésus te di: “Koulye a Fis a Lòm nan gen tan resevwa glwa, epi Bondye resevwa glwa nan Li.
JOH 13:32 Si Bondye resevwa glwa nan Li, Bondye osi ap resevwa glwa Li, nan Li menm, epi va resevwa glwa Li koulye a menm.”
JOH 13:33 “Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou yon ti tan anplis. Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.
JOH 13:34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt.
JOH 13:35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”
JOH 13:36 Simon Pierre te di Li: “Senyè, kibò W ap prale?” Jésus te reponn li: “Kote M ap prale a, ou p ap kapab ale koulye a, men pita, ou va swiv Mwen.”
JOH 13:37 Pierre te di Li: “Senyè, poukisa mwen pa kapab swiv Ou koulye a? Mwen va bay vi m pou Ou.”
JOH 13:38 Jésus te di: “Èske ou va bay vi ou pou Mwen? Anverite, anverite, Mwen di ou, avan kòk la gen tan chante, ou va rejte Mwen twa fwa.”
JOH 14:1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
JOH 14:2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou.
JOH 14:3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.
JOH 14:4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”
JOH 14:5 Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”
JOH 14:6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
JOH 14:7 Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou. Depi koulye a, nou konnen Li, e wè Li.”
JOH 14:8 Philippe te di Li: “Senyè, montre nou Papa a, epi l ap sifi pou nou.”
JOH 14:9 Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’
JOH 14:10 Èske ou pa kwè ke Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen? “Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li.
JOH 14:11 Kwè Mwen, ke Mwen nan Papa a, e ke Papa a nan Mwen. Oubyen apa de sa, kwè menm akoz zèv mwen yo.
JOH 14:12 “Anverite, anverite, Mwen di nou, moun ki kwè nan Mwen, zèv ke Mwen fè yo, li menm va fè yo tou, e pi gwo zèv pase sa yo l ap fè. Paske Mwen ap ale kote Papa a.
JOH 14:13 “Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la.
JOH 14:14 Si nou mande M nenpòt bagay nan non Mwen, M ap fè l.
JOH 14:15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
JOH 14:16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen.
JOH 14:17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.
JOH 14:18 “Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.
JOH 14:19 Apre yon ti tan, lemonn p ap wè M ankò. Men nou menm ap wè m. Akoz ke Mwen viv, nou menm ap viv tou.
JOH 14:20 Nan jou sa nou ap konnen ke Mwen menm nan Papa a, e nou nan Mwen, e Mwen nan nou.
JOH 14:21 “Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”
JOH 14:22 Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”
JOH 14:23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”.
JOH 14:24 Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.
JOH 14:25 Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an.
JOH 14:26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
JOH 14:27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
JOH 14:28 “Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M.
JOH 14:29 E koulye a Mwen gen tan di nou avan li rive, pou lè l rive, nou kapab kwè.
JOH 14:30 “Mwen p ap pale anpil anplis avèk nou, paske mèt a mond sa a ap vini, e li pa gen anyen nan Mwen.
JOH 14:31 Men pou lemonn kapab konnen ke Mwen renmen Papa a; jan Papa a kòmande M, konsa ojis, Mwen fè l. “Leve, annou kite isit la.”
JOH 15:1 “Mwen se vre pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an.
JOH 15:2 Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.
JOH 15:3 “Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an.
JOH 15:4 Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.
JOH 15:5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen.
JOH 15:6 Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile.
JOH 15:7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou.
JOH 15:8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.
JOH 15:9 “Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan lanmou Mwen.
JOH 15:10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.
JOH 15:11 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete.
JOH 15:12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an.
JOH 15:13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
JOH 15:14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou.
JOH 15:15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
JOH 15:16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.
JOH 15:17 “Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.
JOH 15:18 “Si lemonn rayi nou, byen konnen ke li te rayi M avan nou.
JOH 15:19 Si nou te apatyen a lemonn, lemonn ta renmen pa li, men akoz ke nou pa apatyen a lemonn, e ke Mwen te chwazi rachte nou nan mond sa a, akoz sa yo rayi nou.
JOH 15:20 “Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi.
JOH 15:21 Men tout bagay sa yo, yo va fè nou pou koz a Non pa M, paske yo pa konnen Sila a ki te voye M nan.
JOH 15:22 “Si Mwen pa t vini pou pale avèk yo, yo pa t ap gen peche, men koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.
JOH 15:23 “Moun ki rayi M, rayi Papa M tou.
JOH 15:24 Si Mwen pa t fè pami yo zèv ke okenn lòt pa t janm fè, yo pa t ap gen peche, men koulye a, yo wè, e yo rayi M, e Papa M tou.
JOH 15:25 “Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: ‘Yo te rayi Mwen san koz.’
JOH 15:26 “Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen.
JOH 15:27 E nou va fè temwayaj tou, paske nou te avèk Mwen depi nan kòmansman.”
JOH 16:1 “Mwen pale nou bagay sa yo pou nou kapab evite chite.
JOH 16:2 “Yo va mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou.
JOH 16:3 Bagay sa yo, yo va fè paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen.
JOH 16:4 Men bagay sa yo Mwen te pale nou an pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.
JOH 16:5 “Men koulye a, M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’?
JOH 16:6 Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, gwo doulè antre nan kè nou.
JOH 16:7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou.
JOH 16:8 E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman.
JOH 16:9 Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen,
JOH 16:10 Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò.
JOH 16:11 Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
JOH 16:12 “Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a.
JOH 16:13 Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini.
JOH 16:14 Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.
JOH 16:15 “Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
JOH 16:16 “Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”
JOH 16:17 Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke M ap prale nan Papa a’?”
JOH 16:18 Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.”
JOH 16:19 Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’
JOH 16:20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa.
JOH 16:21 Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
JOH 16:22 “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
JOH 16:23 “E nan jou sa a nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.
JOH 16:24 “Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
JOH 16:25 “Bagay sa yo Mwen pale nou an parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.
JOH 16:26 “Nan jou sa a nou va mande nan non Mwen, e Mwen p ap di nou ke M ap mande Papa a anfavè nou.
JOH 16:27 Paske Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen te sòti nan Papa a.
JOH 16:28 Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap prale kote Papa a.”
JOH 16:29 Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap sèvi ak parabòl.
JOH 16:30 Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou kwè ke Ou soti nan Bondye.”
JOH 16:31 Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a?
JOH 16:32 Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
JOH 16:33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
JOH 17:1 Jésus te pale bagay sa yo. Epi ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kap bay glwa a Ou menm.
JOH 17:2 Menm jan ke Ou te bay Li otorite sou tout chè, a tout sa ke Ou te bay Li yo, pou Li ta kapab bay lavi etènèl.
JOH 17:3 “E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vre Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a.
JOH 17:4 Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te acheve travay ke Ou ban M fè a.
JOH 17:5 “E koulye a, ban M glwa ansanm avèk Ou Menm, Papa, avèk glwa ke M te gen avè W avan lemonn te egziste a.
JOH 17:6 “Mwen fè non Ou rekonèt a moun ke Ou te ban Mwen nan lemonn yo. Yo te pou Ou, e Ou te ban Mwen yo. Konsa, yo kenbe pawòl Ou.
JOH 17:7 “Koulye a, yo gen tan konnen ke tout bagay ke Ou ban Mwen soti nan Ou menm.
JOH 17:8 Paske pawòl ke Ou te ban Mwen yo, Mwen bay yo, e yo te resevwa yo e te vrèman konprann ke Mwen soti nan Ou menm. Yo te kwè ke Ou te voye Mwen.
JOH 17:9 “Mwen mande anfavè yo. Mwen pa mande pou lemonn, men pou sa ke Ou te ban Mwen yo. Paske se pou Ou yo ye.
JOH 17:10 “Tout bagay ki pou Mwen, se pou Ou, e sa ki pou Ou, se pou Mwen. Mwen resevwa glwa nan yo.
JOH 17:11 “Mwen pa nan lemonn ankò. Malgre, yo menm, yo toujou nan lemonn, e Mwen vini a Ou, Papa ki Sen, kenbe yo nan non Ou, non ke Ou ban Mwen an, pou yo kapab vin yon sèl, menm jan ke nou menm, nou se yon sèl.
JOH 17:12 Pandan Mwen te avèk yo, Mwen t ap kenbe yo nan non Ou, sa ke Ou te ban Mwen yo. E Mwen te gade yo. Youn nan yo pa t pèdi sof fis pèdisyon an, pou Lekriti ta kapab akonpli.
JOH 17:13 “Men koulye a, Mwen ap vini kote Ou. Konsa, bagay sa yo Mwen pale nan lemonn pou yo kapab gen lajwa Mwen tou ranpli nèt nan yo menm.
JOH 17:14 “Mwen te bay yo pawòl Ou. E lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn.
JOH 17:15 Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont sila ki mechan an.
JOH 17:16 Yo pa nan lemonn menm jan ke Mwen pa nan lemonn.
JOH 17:17 Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.
JOH 17:18 “Kon Ou te voye M nan lemonn nan, Mwen osi voye yo nan lemonn.
JOH 17:19 E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab vin sen nan laverite.
JOH 17:20 “Mwen pa mande pou sila yo sèlman, men pou sa yo osi ki kwè nan Mwen pa pawòl pa yo.
JOH 17:21 Pou yo tout kapab fè yon sèl. Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M.
JOH 17:22 Glwa ke Ou ban Mwen an, Mwen bay yo. Pou yo kapab fè yon sèl, menm jan ke Nou fè yon sèl.
JOH 17:23 Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.
JOH 17:24 “Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.
JOH 17:25 “O Papa ladwati a, malgre lemonn pa konnen Ou, Mwen konnen Ou. E sa yo konnen ke Ou te voye Mwen.
JOH 17:26 E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lanmou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”
JOH 18:1 Lè Jésus te pale pawòl sa yo, Li te pase avèk disip Li yo lòtbò ravin Cédron an, kote te gen yon jaden. Li menm te antre la avèk disip Li yo.
JOH 18:2 Anplis, Judas osi, ki t ap trayi Li a te konnen plas la, pwiske Jésus te konn reyini la souvan ak disip Li yo.
JOH 18:3 Konsa, Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.
JOH 18:4 Jésus, byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”
JOH 18:5 Yo te reponn Li: “Jésus, Nazareyen an.” Li te di yo: “Mwen menm se Li”. Judas osi ki t ap trayi Li a, te kanpe avèk yo.
JOH 18:6 Lè konsa, Li te di yo: “Mwen menm se Li,” yo te fè bak epi tonbe atè.
JOH 18:7 Ankò konsa, Li te mande yo: “Kilès n ap chache?” E yo te di: “Jésus, Nazareyen an.”
JOH 18:8 Jésus te reponn: “Mwen te di nou ke Mwen menm se Li. Si se pou sa, se Mwen nou ap chache, lese lòt yo fè wout yo.”
JOH 18:9 Pou pawòl ke Li te pale a ta kapab akonpli: “Nan sa ke Ou te ban Mwen yo, Mwen pa t pèdi youn.”
JOH 18:10 Konsa, Simon Pierre ki te gen yon nepe, te rale li e te frape esklav wo prèt la, epi te koupe zòrèy dwat la. Esklav la te rele Malchus.
JOH 18:11 Konsa, Jésus te di Pierre: “Mete nepe a nan fouwo a. Tas ke Papa a ban Mwen an, èske M pa pou bwè l?”
JOH 18:12 Konsa, kòwòt women an, avèk kòmandan, avèk ofisye Jwif yo te arete Jésus, e te mare Li.
JOH 18:13 Yo te mennen Li premyèman bò kote Anne. Paske Li menm te bòpè a Caïphe, ki te wo prèt nan lane sa a.
JOH 18:14 Epi se te Caïphe ki te bay konsèy a Jwif yo ke li ta meyè pou yon moun mouri pou benefis a tout pèp la.
JOH 18:15 Simon Pierre t ap swiv Jésus ansanm ak yon lòt disip. Alò, disip sila a te rekonèt pa wo prèt la, e te antre avèk Jésus nan lakou wo prèt la,
JOH 18:16 Men Pierre te kanpe prè pòt deyò a. Pou sa, lòt disip ki te byen rekonèt pa wo prèt la te ale deyò a e te pale avèk gadyen pòt la, epi te fè Pierre antre.
JOH 18:17 Fi domestik ki te okipe de pòt la te di Pierre: “Èske Ou pa osi youn nan disip a mesye sila a?” Li te di: “Se pa Mwen.”
JOH 18:18 Epi lòt esklav yo ak ofisye ki te la yo, te fè yon dife avèk chabon, pwiske li te fè frèt e yo t ap chofe kò yo. Pierre te la avèk yo tou, e te kanpe la pou chofe kò li.
JOH 18:19 Konsa, wo prèt la t ap kesyone Jésus konsènan disip Li yo, e sou sa Li te enstwi yo.
JOH 18:20 Jésus te reponn Li: “Mwen pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè.
JOH 18:21 Poukisa nou ap kesyone M? Mande sa yo ki tande sa ke M te pale yo. Yo konnen sa ke M te di yo.”
JOH 18:22 Lè Li te di sa, youn nan ofisye yo te frape Jésus, e te di: “Èske se konsa Ou reponn wo prèt la?”
JOH 18:23 Jésus te reponn li: “Si Mwen pale mal, fè temwayaj a mal la, men si Mwen pale byen, poukisa Ou frape M?”
JOH 18:24 Akoz sa a, Anne te voye Li tou mare bay Caïphe, wo prèt la.
JOH 18:25 Alò, Simon Pierre te kanpe ap chofe kò li. Yo te di l konsa: “Se pa ou menm tou ki youn nan disip Li yo?” Li te demanti sa e te di: “Non, se pa Mwen.”
JOH 18:26 Youn nan esklav wo prèt la, konsi, yon manm fanmi a sila a ki te gen zòrèy koupe pa Pierre a te di: “Èske M pa t wè ou nan jaden an avèk Li?”
JOH 18:27 Konsa, Pierre te demanti sa ankò, epi lapoula, kòk la te chante.
JOH 18:28 Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la.
JOH 18:29 Pou sa, Pilate te soti deyò pou pale avèk yo e te di: “Ki akizasyon nou pote kont nonm sila a?”
JOH 18:30 Yo te reponn e te di li: “Si nonm sila pa te yon malfektè, nou pa t ap livre li bay ou.”
JOH 18:31 Epi Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi jije Li selon lalwa pa nou.” Jwif yo te di li: “Li pa pèmi pou nou mete yon moun a lanmò.”
JOH 18:32 Pou pawòl ke Jésus te pale a ta kapab akonpli, ki te montre ki kalite mò Li t ap mouri.
JOH 18:33 Konsa, Pilate te antre ankò nan Tribinal la, e te rele Jésus, e te di Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo.”
JOH 18:34 Jésus te reponn li: “Èske ou mande sa pou kont ou, oubyen èske gen lòt moun ki pale ou de Mwen?”
JOH 18:35 Pilate te reponn: “Èske mwen menm se yon Jwif? Pwòp nasyon pa W te livre Ou ban mwen. Kisa Ou fè?”
JOH 18:36 Jésus te reponn: “Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”
JOH 18:37 Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?” “Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”
JOH 18:38 Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a.
JOH 18:39 Men nou gen yon koutim, ke Mwen gen pou lage pou nou yon moun nan lè Pak Jwif la. Èske konsa, nou ta renmen m lage pou nou Wa a Jwif Yo?”
JOH 18:40 Pou sa yo te kriye ankò e te di: “Pa mesye sila a, men lage Barabbas”. Alò, Barabbas te yon vòlè.
JOH 19:1 Konsa, Pilate te pran Jésus epi te bat Li ak fwèt.
JOH 19:2 Sòlda yo te trese yon kouwòn pikan e te mete li sou tèt Li. Yo te abiye Li ak yon gwo vètman mov.
JOH 19:3 Yo t ap repete pawòl: “Sali, Wa Jwif Yo!” epi t ap bay Li kou nan figi li.
JOH 19:4 Pilate te parèt deyò ankò epi te di: “Gade byen, mwen mennen L devan nou ankò pou nou ka konnen ke m pa twouve okenn koupabilite nan Li.”
JOH 19:5 Konsa Jésus te vin parèt abiye avèk kouwòn pikan an ak gwo vètman mov la. Epi Pilate te di yo: “Gade nonm nan!”
JOH 19:6 Konsa, lè chèf prèt yo ak ofisye yo te wè Li, yo te kriye fò e te di: “Krisifye! Krisifye!” Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi krisifye Li, paske mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li.”
JOH 19:7 Jwif yo te reponn li: “Nou gen yon lwa, e pa lwa sila a, Li dwe mouri paske Li te fè kòmsi se Fis a Bondye Li ye.”
JOH 19:8 Lè Pilate te tande pawòl sila a, li te vin krent plis.
JOH 19:9 Li te lantre ankò nan tribinal la e te di a Jésus: “Kote Ou soti?” Men Jésus pa t reponn li.
JOH 19:10 Pou sa, Pilate te di L: “Ou pa pale avè m? Èske Ou pa konnen ke m gen otorite pou krisifye Ou?”
JOH 19:11 Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”
JOH 19:12 Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: “Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”
JOH 19:13 Lè konsa, Pilate te tande pawòl sa yo, li te mennen Jésus deyò, e te chita sou chèz jijman an nan plas yo rele Pave a, men an Ebre Gabbatha.
JOH 19:14 Se te Jou Preparasyon pou Pak Jwif la. Li te anviwon sizyèm lè. Li te di a Jwif yo: “Men Wa nou!”
JOH 19:15 Pou sa yo te kriye fò: “Fè L soti, fè L soti, krisifye L!” Pilate te di yo: “Èske m ta krisifye Wa nou an?” Chèf prèt yo te reponn: “Nou pa gen okenn lòt wa ke César.”
JOH 19:16 Konsa, li te livre Li pou krisifye. Yo te pran Li, epi te mennen L ale.
JOH 19:17 Li te soti e t ap pote pwòp kwa Li vè plas ke yo rele Plas a Zo Tèt Mò a, ke nan lang Ebre yo rele Golgotha.
JOH 19:18 La yo te krisifye Li, ansanm avèk de lòt mesye yo, youn nan chak kote avèk Jésus nan mitan.
JOH 19:19 Pilate te ekri yon enskripsyon, e te mete li sou kwa a. Li te di “Jésus de Nazareth, Wa Jwif Yo.”
JOH 19:20 Konsa, anpil nan Jwif yo te li enskripsyon sila a, paske plas kote Jésus te krisifye a te prè vil la, e li te ekri nan Ebre, Laten ak Grèk.
JOH 19:21 Epi chèf prèt yo t ap di a Pilate: “Pa ekri ‘Wa Jwif yo’, men ke ‘Li te di: “Mwen se Wa Jwif yo.”’
JOH 19:22 Pilate te reponn “Sa ke m ekri a, mwen ekri l nèt”.
JOH 19:23 Sòlda yo, lè yo te fin krisifye Jésus te pran tout vètman li epi fè kat pati. Yon pati pou chak sòlda, anplis tinik la. Konsa, tinik la te yon sèl mòso twal san koud soti anwo, jis rive anba.
JOH 19:24 Akoz sa yo te di youn ak lòt, annou pa chire li, men tire osò pou li, pou deside pou kilès li dwe ye. Konsa, yo te akonpli Lekriti a ki te di: “Yo te divize vètman Mwen yo pami yo, e pou rad Mwen yo tire osò.” Pou sa a, sòlda yo te fè bagay sa yo.
JOH 19:25 Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène te kanpe prè kwa Jésus a.
JOH 19:26 Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”
JOH 19:27 Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.
JOH 19:28 Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”
JOH 19:29 Yon bokal ranpli avèk diven si te kanpe la. Epi yo te mete yon eponj ranpli avèk diven si a sou yon branch izòp pou te lonje l anwo vè bouch Li.
JOH 19:30 Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Sa fini!” Epi Li te bese tèt Li e te rann lespri Li.
JOH 19:31 Pou sa, Jwif yo, akoz ke se te Jou Preparasyon an, e ke kò yo pa ta dwe rete sou lakwa pandan Saba a, pwiske Saba a te yon gwo jou sen, te mande Pilate pou kase janm tout moun yo, pou yo ta kapab retire yo.
JOH 19:32 Konsa, sòlda yo te vini e te kase janm a premye mesye a, epi lòt ki te krisifye avèk li a.
JOH 19:33 Men lè yo vini sou Jésus, yo te wè ke Li te deja mouri, epi yo pa t kase janm Li yo.
JOH 19:34 Men youn nan sòlda yo te frennen akote Li avèk yon lans, epi imedyatman, san mele avèk dlo te soti.
JOH 19:35 E sila a ki wè gen tan bay temwaye, epi temwayaj li vrè. E li konnen ke l ap di laverite, pou nou tout kapab kwè.
JOH 19:36 Paske bagay sa yo te vin pase, pou Lekriti a ta kapab akonpli “Pa menm yon zo nan Li va kase.”
JOH 19:37 E ankò yon lòt Ekriti di “Yo va gade sila a ke yo pèse a.”
JOH 19:38 Apre bagay sa yo, Joseph d'Arimathée, ki te yon disip a Jésus, men an sekrè akoz perèz a Jwif yo, te mande Pilate pou l kite li pran kò Jésus. E Pilate te bay li pèmisyon.
JOH 19:39 Nicodème ki te vini premyèman kote li nan nwit lan te vini tou. Yo t ap pote yon melanj lami avèk epis lalwa ki te peze kon pwa anviwon san liv.
JOH 19:40 Konsa, yo te pran kò a Jésus, epi te vlope l avèk twal lèn avèk epis selon koutim lantèman a Jwif yo.
JOH 19:41 Nan plas kote Li te krisifye a, te gen yon jaden, e nan jaden an yon tonm nèf kote pèsòn poko te poze.
JOH 19:42 Pou sa, akoz jou Preparasyon Jwif la, e akoz ke tonm nan te prè, yo te poze Jésus la.
JOH 20:1 Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan.
JOH 20:2 E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”
JOH 20:3 Konsa, Pierre te soti ak lòt disip la, pou yo ale nan tonm nan.
JOH 20:4 Yo toulède t ap kouri ansanm. E lòt disip la te kouri vit pase Pierre, e li te rive nan tonm nan avan.
JOH 20:5 Lè l bese gade ladann, li te wè twal lèn yo atè a, men li pa t antre.
JOH 20:6 Alò, Simon Pierre t ap swiv li, epi te antre nan tonm nan. Li te wè twal lèn yo atè a,
JOH 20:7 men twal pou figi ki te konn sou tèt Li a, pa t avèk lòt lèn yo, men te byen woule epi mete nan yon plas akote pou kont li.
JOH 20:8 Lòt disip la ki te rive nan tonm nan avan te antre osi. Li te wè, e li te kwè.
JOH 20:9 Paske jiska moman sa a, yo poko te konprann Lekriti a ke fòk Li leve ankò soti nan lanmò.
JOH 20:10 Konsa, disip yo te kite la pou retounen nan pwòp kay pa yo.
JOH 20:11 Men Marie te kanpe deyò tonm nan. Li t ap kriye, epi konsa, pandan li t ap kriye, li te bese pou gade nan tonm nan.
JOH 20:12 E li te wè de zanj abiye an blan ki chita, youn bò kote tèt la, e youn bò kote pye yo, kote kò Jésus te konn kouche a.
JOH 20:13 Yo te di li: “Fanm poukisa w ap kriye?” Li te di yo, “Akoz yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L.”
JOH 20:14 Lè li te fin di sa, li te vire, e te wè Jésus te kanpe la, men li pa t konnen ke se te Jésus.
JOH 20:15 Jésus te di li “Fanm, poukisa w ap kriye? Kilès w ap chèche?” Byen kwè ke Li te mèt jaden an, li te di L: “Mesye si ou te pote Li ale, di m kote ou mete Li, epi m ap pran L mennen L ale.”
JOH 20:16 Jésus te di li: “Marie!” Li te di Li an Ebre: “Rabouni!”, ki vle di “Mèt!”
JOH 20:17 Jésus te di li: “Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale bò kote frè M yo e di yo ke ‘Mwen monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w.’”
JOH 20:18 Marie Magdala te vin kote disip yo e te anonse yo: “Mwen wè Senyè a,” epi Li te pale yo de bagay sa yo.
JOH 20:19 Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.”
JOH 20:20 E lè Li te di sa, Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.
JOH 20:21 Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”
JOH 20:22 E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.
JOH 20:23 “Si nou padone peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padone. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”
JOH 20:24 Men Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an.
JOH 20:25 Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”
JOH 20:26 Uit jou pita, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”
JOH 20:27 Alò Li te di a Thomas “Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè.”
JOH 20:28 Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”
JOH 20:29 Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? Beni se sila yo ki pa t wè, men ki te kwè.”
JOH 20:30 Konsa, anpil lòt sign Jésus osi te fè nan prezans disip Li yo, ki pa ekri nan liv sa a.
JOH 20:31 Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.
JOH 21:1 Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.
JOH 21:2 Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.
JOH 21:3 Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.” Yo te di li: “N ap prale avè w tou.” Yo ale deyò e te antre nan kannòt la, e nwit sa a, yo pa t kenbe anyen.
JOH 21:4 Men lè bajou te kase, Jésus te kanpe arebò lanmè a, men disip yo pa t konnen ke se te Jésus.
JOH 21:5 Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, èske nou pa gen kèk grenn pwason?” Yo te reponn Li: “Non”.
JOH 21:6 E Li te di yo “Voye filè a sou men dwat kannòt la, e nou va kenbe kèk.” Konsa, yo te voye l, e yo pa t kab rale fè l antre akoz gran kantite pwason yo.
JOH 21:7 Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.” Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.
JOH 21:8 Men lòt disip yo te vini nan ti kannòt la, paske yo pa t lwen tè a, men sèlman anviwon san mèt, pou rale filè plen pwason an.
JOH 21:9 E lè yo te desann atè, yo te wè yon dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.
JOH 21:10 Jésus te di yo: “Pote kèk nan pwason ke nou fenk kenbe yo.”
JOH 21:11 Simon Pierre te monte e te rale filè a atè a, byen plen gwo pwason, san-senkann-twa, e malgre ke te gen gran kantite sa a, filè a pa t chire.
JOH 21:12 Jésus te di yo: “Vin pran ti dejene.” Okenn nan disip yo pa t tante kesyone L: “Ki Moun Ou ye?” paske yo te konnen ke se te Senyè a.
JOH 21:13 Jésus te vini. Li te pran pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.
JOH 21:14 Sa koulye a se twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.
JOH 21:15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?” Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.” Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”
JOH 21:16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.” Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”
JOH 21:17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?” E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.” Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.
JOH 21:18 Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”
JOH 21:19 Sila Li te di pou montre pa ki kalite mò li ta bay glwa a Bondye a. E lè Li te pale sa, Li te di L: “Swiv Mwen!”
JOH 21:20 Pierre te vire gade pa dèyè e te wè disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”
JOH 21:21 Epi Pierre, lè l te wè li, te di a Jésus: “Senyè, e pou nonm sila a?”
JOH 21:22 Jésus te di li: “E si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ap ye pou ou? Ou menm, swiv Mwen!”
JOH 21:23 Konsa, pawòl sa te kouri pami tout frè yo ke disip sila a pa t ap mouri. Men Jésus pa t di li ke li pa t ap mouri, men sèlman “Si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ye pou ou?”
JOH 21:24 Sa se disip ki fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.
JOH 21:25 Epi genyen osi anpil lòt bagay ke Jésus te fè, ke si yo te ekri an detay, mwen pa sipoze ke tout lemonn ta kapab kenbe liv ki t ap ekri yo.
ACT 1:1 Premye istwa ke m te ekri a, chè Théophile, sou tout bagay ke Jésus te kòmanse fè ak enstwi yo,
ACT 1:2 jis rive jou lè Li te monte nan syèl la apre Li te fin bay lòd selon Lespri Sen an, a apòt ke Li te chwazi yo.
ACT 1:3 A sila yo osi Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la.
ACT 1:4 Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan.
ACT 1:5 Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”
ACT 1:6 Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”
ACT 1:7 Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L.
ACT 1:8 Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”
ACT 1:9 Lè Li te fin di bagay sa yo Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t wè Li.
ACT 1:10 Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala de mesye ak vètman blan te kanpe akote L;
ACT 1:11 E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.
ACT 1:12 Alò, yo te retounen Jérusalem sòti nan mòn yo rele Olivier a, ki toupre Jérusalem, a distans mache yon jou Saba.
ACT 1:13 Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan chanm anlè kote yo t ap rete a; sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la.
ACT 1:14 Sa yo avèk yon sèl panse yo t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.
ACT 1:15 Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di:
ACT 1:16 “Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo.
ACT 1:17 Paske li te konte pami nou, e te resevwa pati pa li, nan èv sila a.
ACT 1:18 “Alò mesye sila te vin achte yon chan avèk pri mechanste li a; e te tonbe tèt devan; vant li te fann e zantray li te vide sòti.
ACT 1:19 Epi sa te vin byen koni pa tout sila ki te rete Jérusalem yo; pou ke nan pwòp lang pa yo, yo te rele chan sa a Hakeldama, ki vle di chan san an.
ACT 1:20 “Paske sa ekri nan liv Sòm Yo: ‘Kite kote li rete a vin devaste; e pa kite pèsòn rete ladan l’; ‘Kite yon lòt moun vin pran pozisyon pa li a’.
ACT 1:21 “Donk, li nesesè ke pami moun ki akonpanye nou tout tan ke Senyè Jésus te antre sòti pami nou yo,
ACT 1:22 kòmanse nan batèm Jean, jis rive jou ke Li te anlve soti nan mitan nou an, youn nan sila yo ta dwe devni yon temwen avèk nou de rezirèksyon Li.”
ACT 1:23 Konsa yo te mete devan de mesye, Joseph ke yo te rele Barsabbas, ki te anplis rele Justus, ak Matthias.
ACT 1:24 Yo te priye, e te di: “Ou menm, Senyè ki konnen kè tout moun, montre nou kilès nan de zòm sa yo Ou chwazi a,
ACT 1:25 pou okipe èv apòt sila a ke Judas te vire kite pou ale nan pwòp plas li a.”
ACT 1:26 Yo te fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.
ACT 2:1 Lè jou Pannkòt la te rive, yo tout te ansanm nan yon sèl plas.
ACT 2:2 Sibitman, te sòti nan syèl la yon bwi tankou yon van vyolan k ap kouri, e li te ranpli tout kay kote yo te chita a.
ACT 2:3 Konsa, te parèt a yo menm, lang tankou dife, ki t ap gaye pou kont yo, e te vin poze sou yo chak.
ACT 2:4 Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.
ACT 2:5 Alò, te gen Jwif ki t ap viv Jérusalem; lèzòm fidèl jwif ki te sòti nan tout nasyon anba syèl la.
ACT 2:6 Konsa, lè bwi a te fèt, foul la te reyini ansanm, e te sezi, paske yo tout t ap tande yo pale nan pwòp lang pa yo.
ACT 2:7 Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa Galileyen?
ACT 2:8 E kijan ke nou tout tande yo nan pwòp lang natal pa nou?
ACT 2:9 Patyen yo, Mèd yo, Elamit yo, moun Mésopotamie yo, Judée ak Cappadoce yo Pont ak Asie yo
ACT 2:10 Phrygie ak Pamphylie yo, Égypte ak tèritwa Libye yo vwazen ak Cyrène, e sila ki t ap vizite Rome yo, Jwif ak pèp payen ki te konvèti a relijyon Jwif yo,
ACT 2:11 Crétois ak Arabe yo, Nou tande yo nan pwòp lang pa nou, k ap pale tout zèv pwisan Bondye yo!”
ACT 2:12 Yo tout te toujou sezi, byen konfonn, e te di youn ak lòt: “Kisa sa vle di?”
ACT 2:13 Men te gen lòt ki t ap moke yo, e t ap di: “Yo plen avèk diven dous”.
ACT 2:14 Men Pierre, ki te kanpe fèm avèk onz yo, te leve vwa li e te deklare a yo menm: “Moun a Judée yo, ak nou tout ki rete Jérusalem yo, kite sa byen konnen pami nou, e prete atansyon a pawòl mwen.
ACT 2:15 Paske moun sa yo pa sou, tankou nou ta kwè a paske se sèlman twazyèm è nan jounen an.
ACT 2:16 Men sa ki te pale pa pwofèt Joël la:
ACT 2:17 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di: Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo, e granmoun nou yo va fè rèv.
ACT 2:18 Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason, nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen, e yo va pwofetize.
ACT 2:19 Mwen va fè parèt mèvèy anwo nan syèl la, ak sign anba sou latè; san avèk dife, avèk vapè lafimen.
ACT 2:20 Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san, avan gran jou mèvèy Senyè a vini.
ACT 2:21 E li va rive ke tout moun ki rele Non Senyè a va sove.’
ACT 2:22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an,
ACT 2:23 nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò.
ACT 2:24 Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.
ACT 2:25 ‘Paske David te di sou Li: ‘Mwen te toujou wè Senyè a devan fas mwen an; paske Li sou men dwat mwen, pou m pa janm ebranle”.
ACT 2:26 Donk, kè m te kontan, e lang mwen te bay lwanj. Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa,
ACT 2:27 paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo, ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.
ACT 2:28 Ou fè m konnen chemen lavi yo; Ou va ranpli m ak kè kontan avèk Prezans Ou.’
ACT 2:29 “Frè m yo, mwen kapab di nou avèk konfyans selon zansèt nou David, ke li te mouri, li te antere, e ke tonm li la avèk nou jiska jodi a.
ACT 2:30 Konsa, akoz ke li David te yon pwofèt, e te konnen ke Bondye te sèmante a li menm yon pwomès pou fè youn nan desandan li yo chita sou twòn li an,
ACT 2:31 li te gade pi lwen e te pale sou rezirèksyon Kris la ke ‘Li pa t ni abandone nan sejou mò yo, ni kite chè L dekonpoze.’
ACT 2:32 Jésus sila Bondye te fè leve ankò a, de sa, nou tout te temwen.
ACT 2:33 “Konsa, akoz Li te leve wo rive kote men dwat Bondye, e te resevwa nan Papa a, pwomès Lespri Sen an, li te fè vide sa ke nou wè, ak tande a.
ACT 2:34 “Paske se pa t David ki te monte nan syèl la, men se te li menm ki di: ‘SENYÈ a te di a Senyè m nan, chita bò dwat Mwen
ACT 2:35 Jiskaske M fè lènmi ou yo vin yon ti ban pou mete pye ou.’
ACT 2:36 “Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”
ACT 2:37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
ACT 2:38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an.
ACT 2:39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
ACT 2:40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
ACT 2:41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.
ACT 2:42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
ACT 2:43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
ACT 2:44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm:
ACT 2:45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak.
ACT 2:46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè.
ACT 2:47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo. Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
ACT 3:1 Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè nevyèm è, lè lapriyè.
ACT 3:2 Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manman l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo.
ACT 3:3 Lè l te wè Pierre avèk Jean prèt pou antre nan tanp lan, li te mande yo lacharite.
ACT 3:4 Pierre te fikse zye yo sou li. Ansanm avèk Jean, li te di: “Gade nou!”
ACT 3:5 Konsa, li te kòmanse koute yo, annatandan pou yo bay li yon kichòy.
ACT 3:6 Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!”
ACT 3:7 Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.
ACT 3:8 Konsa li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye.
ACT 3:9 Tout pèp la te wè li t ap mache e bay Bondye lwanj.
ACT 3:10 Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.
ACT 3:11 Pandan li t ap kenbe sou Pierre ak Jean, tout moun, byen etone, te kouri bò kote yo nan pòtay yo rele Salomon an.
ACT 3:12 Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?
ACT 3:13 “Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.
ACT 3:14 “Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen,
ACT 3:15 e te touye Prens Lavi a, sila menm ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te temwen.
ACT 3:16 “Konsa, sou baz lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout.
ACT 3:17 “E koulye a, frè yo, mwen konnen ke nou te aji nan inyorans, menm jan ke chèf nou yo te fè osi.
ACT 3:18 Men bagay ke Bondye te anonse oparavan yo, pa bouch a tout pwofèt yo, ke Kris Li a ta soufri; konsa, Li gen tan fin akonpli.
ACT 3:19 “Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a;
ACT 3:20 epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè,
ACT 3:21 Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan restorasyon tout bagay ke Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.
ACT 3:22 “Moïse te di: ‘Senyè Bondye a va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo. A Li menm, nou va prete atansyon a tout sa Li di nou.
ACT 3:23 E li va rive ke tout nanm ki pa okipe pwofèt sila va detwi nèt pami pèp la.’
ACT 3:24 “Epi menm jan an tout pwofèt ki pale, depi Samuel ak tout sila ki te swiv li yo, osi te anonse jou sa yo.
ACT 3:25 “Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: ‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.
ACT 3:26 “ Bondye te leve sèvitè Li a, e Li te voye Li kote nou avan, pou beni nou lè l fè chak en de nou vire kite mechanste nou yo.”
ACT 4:1 Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk Sadiseyen yo te rive kote yo.
ACT 4:2 Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo.
ACT 4:3 Yo te mete men sou yo, e te mete yo nan prizon pou jis rive nan demen, paske li te gen tan fènwa.
ACT 4:4 Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.
ACT 4:5 Nan landemen, chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem.
ACT 4:6 Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo.
ACT 4:7 Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”
ACT 4:8 Alò, Pierre ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la,
ACT 4:9 Si nou parèt devan tribinal jodi a pou benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri,
ACT 4:10 kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante.
ACT 4:11 ‘Se Li menm ki wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’
ACT 4:12 “Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”
ACT 4:13 Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.
ACT 4:14 Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay.
ACT 4:15 Men lè yo fin mande yo kite konsèy la, yo te fè konferans ansanm.
ACT 4:16 Yo te di: “Alò kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vre.
ACT 4:17 “Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun nan non sila a.”
ACT 4:18 Yo te rele yo, e te kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.
ACT 4:19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije.
ACT 4:20 Paske nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”
ACT 4:21 Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap bay Bondye glwa pou sa ki te rive a.
ACT 4:22 Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.
ACT 4:23 Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo.
ACT 4:24 Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann,
ACT 4:25 ki pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di: ‘Poukisa nasyon yo anraje konsa; e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven?
ACT 4:26 Wa sou latè yo ap pran pòz yo e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a ak kont Kris Li a.’
ACT 4:27 “Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la,
ACT 4:28 pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak volonte Ou te deja planifye, pou fèt.
ACT 4:29 E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo pale pawòl Ou avèk tout konfyans,
ACT 4:30 pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”
ACT 4:31 Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.
ACT 4:32 Tout moun nan gran foul a ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun.
ACT 4:33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout.
ACT 4:34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay,
ACT 4:35 pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.
ACT 4:36 Joseph, yon Levit ki te ne an Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Ankourajman an
ACT 4:37 te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.
ACT 5:1 Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon mòso tè.
ACT 5:2 Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te mete l nan pye apòt yo.
ACT 5:3 Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt.
ACT 5:4 Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”
ACT 5:5 Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.
ACT 5:6 Jennjan yo te leve li, vlope li nan yon twal e te pote l deyò pou te antere l.
ACT 5:7 Nan anviwon twazèdtan, madanm li, san konnen sa ki te rive a, te antre.
ACT 5:8 Pierre te di li: “Di m si ou te vann tè a pou yon pri konsa?” Li te di: “Wi, pou yon pri konsa”.
ACT 5:9 Alò, Pierre te di li: “Poukisa ke nou dakò ansanm pou tante Lespri Senyè a? Vwala, pye a sila ki te antere mari ou yo parèt nan pòt la, e yo va pote ou deyò a tou.”
ACT 5:10 Konsa li te tonbe atè e te rann dènye souf li. Jennjan yo te antre, yo twouve li tou mouri e te pote l ale. Yo te antere li bò kote mari li.
ACT 5:11 Yon gwo laperèz te vin tonbe sou tout legliz la, e sou tout sila ki te tande bagay sa yo.
ACT 5:12 Pa men apòt yo, anpil sign ak mirak te fèt pami pèp la, e yo tout te an akò nan Galri Salomon an.
ACT 5:13 Pou lòt yo, pa t gen pèsòn ki te gen kouraj pou vin jwenn avèk yo, men pèp la te bay yo lwanj.
ACT 5:14 Konsa, anpil kwayan nan non Senyè a, yon fòs kantite gason avèk fi t ap ajoute tout tan pami yo.
ACT 5:15 Yo t ap menm pote malad yo e mete yo nan lari; yo te fè yo kouche sou kabann ak palèt, pou menm yon ti kras lonbraj Pierre, lè l pase, ta kapab tonbe sou nenpòt nan yo.
ACT 5:16 Te vini osi foul ki te sòti nan vil ki te antoure Jérusalem yo, ki t ap pote moun malad, ak sila ki te twouble pa move Lespri yo, e yo tout te geri.
ACT 5:17 Men wo prèt la te vin leve, ak tout sila ki te avèk li yo (sa vle di Sadiseyen yo), e yo te jalou anpil.
ACT 5:18 Yo te mete men sou apòt yo, e te mete yo nan yon prizon piblik.
ACT 5:19 Men yon zanj Bondye te ouvri pòt prizon an pandan lannwit, e te fè yo sòti, e te di:
ACT 5:20 “Ale, kanpe pale ak pèp la nan tanp lan tout pawòl lavi a.”
ACT 5:21 Lè yo te tande sa, yo te antre nan tanp lan granmmaten, e yo te kòmanse enstwi. Men lèwo prèt la te vini, ansanm ak sila ki te avèk li yo, yo te reyini yon gran konsèy avèk tout ansyen Israël yo. Konsa yo te voye kote prizon an pou fè yo vini.
ACT 5:22 Men lè jandam yo te vini, yo te twouve ke yo pa t nan prizon an. Konsa yo te retounen pou te bay rapò a.
ACT 5:23 Yo te di: “Nou te twouve prizon an byen fèmen e byen sere avèk gad yo ki te kanpe devan pòt la, men lè nou te louvri li, nou pa twouve pèsòn ladann.”
ACT 5:24 Lè wo prèt la avèk kaptenn kò gad tanp lan te tande sa, yo te vin enkyete pou kote pwoblèm sa a ta vin rive.
ACT 5:25 Men yon moun te vin di yo: “Gade, mesye sa yo ke nou te mete nan prizon an kanpe nan tanp lan e y ap enstwi pèp la.”
ACT 5:26 Alò, yo te ale avèk kaptenn lan ak jandam yo, e te mennen yo vini san vyolans; paske yo te krent pèp la, pou yo pa ta lapide yo avèk wòch.
ACT 5:27 Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan konsèy la pou wo prèt la kesyone yo.
ACT 5:28 Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.
ACT 5:29 Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm.
ACT 5:30 Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a.
ACT 5:31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo.
ACT 5:32 Nou te temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”
ACT 5:33 Lè yo te tande sa, yo te byen blese, e te fè plan pou touye yo.
ACT 5:34 Alò, yon nonm nan konsèy la ke yo te rele Gamaliel te kanpe, yon pwofesè nan Lalwa ki te gen bon repitasyon pami tout pèp. Li te mande yo mete apot yo deyò pou yon moman.
ACT 5:35 Li te di yo: “Moun Israël yo, veye nou menm ak sa nou gen entansyon fè avèk mesye sila yo,
ACT 5:36 Paske pa anpil jou avan sa, te leve yon Theudas ki t ap pretann li menm te yon pèsonaj, epi yon gwoup kat-san òm te vin jwenn avèk li. Men yo te touye li, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye, e pa t reyalize anyen.
ACT 5:37 “Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye.
ACT 5:38 “Donk, nan ka prezan an, mwen di nou, rete lwen de moun sa yo, e pa okipe yo, paske si plan oubyen aksyon sa a sòti nan lòm, li va boulvèse.
ACT 5:39 Men si se nan Bondye, nou p ap kab boulvèse yo; sinon nou kab menm twouve ke n ap goumen kont Bondye menm.”
ACT 5:40 Yo te koute konsèy li. Apre yo te rele apòt yo antre, yo te bat yo avèk fwèt, e te kòmande yo pou yo pa pale nan non Jésus, e te lage yo.
ACT 5:41 Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.
ACT 5:42 Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.
ACT 6:1 Alò nan lè sa a pandan disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.
ACT 6:2 Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo.
ACT 6:3 Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a.
ACT 6:4 Men nou menm nou va dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”
ACT 6:5 Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche.
ACT 6:6 Epi sila yo te mennen devan apòt yo, e lè yo te fin fè lapriyè, yo te poze men sou yo.
ACT 6:7 Pawòl Bondye a te kontinye gaye, e kantite disip yo te kontinye ogmante anpil nan Jérusalem, e yon gran nonb pami prèt yo t ap vin obeyisan a lafwa a.
ACT 6:8 Epi Étienne, ranpli avèk gras ak pouvwa, te fè mèvèy ak mirak pami pèp la.
ACT 6:9 Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne.
ACT 6:10 Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.
ACT 6:11 Alò, an sekrè yo te fè moun yo di: “Nou tande li pale pawòl blasfèm kont Moïse ak kont Bondye”.
ACT 6:12 Konsa, yo te soulve pèp la, ansyen yo ak skrib yo. Yo te sezi li, e te trennen li pou mennen l devan konsèy la.
ACT 6:13 Yo te mete devan fo temwayaj ki te di: “Nonm sila a tout tan ap pale kont lye sakre sila a, ak Lalwa.
ACT 6:14 Paske nou konn tande li di ke Nazareyen sila a, Jésus, va detwi plas sila a e chanje koutim ke Moïse te bannou yo.”
ACT 6:15 Konsa, yo tout nan konsèy la te fikse zye yo sou li, e yo te wè figi li tankou figi a yon zanj.
ACT 7:1 Wo prèt la te di: “Èske bagay sa yo se vre?”
ACT 7:2 Li te di: “Koute m frè m yo ak ansyen mwen yo!” Bondye laglwa a te parèt devan zansèt nou, Abraham lè li te nan Mésopotamie, avan ke li te rete Charran.
ACT 7:3 E Li te di li: “Kite peyi ou, ak fanmi ou, pou vini nan peyi ke Mwen menm va montre ou a”.
ACT 7:4 Konsa, li te kite peyi a Kaldeyen yo pou vin rete nan Charran. Depi la, lè papa l te vin mouri, Bondye te fè l deplase vin nan peyi sila a kote nou rete koulye a.
ACT 7:5 Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon mòso tè, men menm lè li pa t gen pitit, Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo.
ACT 7:6 Men Bondye te pale konsa: Ke desandan li yo ta etranje nan yon peyi etranje, pou yo ta nan esklavaj e maltrete pandan kat-san lane.
ACT 7:7 “Epi nenpòt nasyon ki ta mete yo nan esklavaj, Bondye te di: ‘Mwen Menm, Mwen va jije’, epi apre sa, yo va sòti la pou sèvi Mwen nan plas sila a.”
ACT 7:8 Li te bay li akò sikonsizyon an, epi Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo.
ACT 7:9 Patriyach yo te vin jalou de Joseph e yo te vann li an Égypte. Men Bondye te avèk li
ACT 7:10 e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.
ACT 7:11 Alò yon gwo grangou te parèt nan tout Égypte ak Canaan, avèk gwo mizè, e zansèt nou yo pa t kab twouve manje.
ACT 7:12 Men lè Jacob te tande ke te gen manje an Égypte, li te voye zansèt nou yo la pou premye fwa a.
ACT 7:13 Nan dezyèm vizit la Joseph te fè frè l yo dekouvri ki moun li te ye, efanmi Joseph te vin entwodwi a Pharaon.
ACT 7:14 Alò Joseph te voye envite Jacob, papa li avèk tout fanmi li pou vin kote l. Te gen swasann-kenz moun antou.
ACT 7:15 Konsa, Jacob te desann an Égypte e li menm avèk zansèt nou yo te mouri la.
ACT 7:16 Depi la kò yo te deplase retounen nan Sichem, pou te antere yo nan tonm nan ke Abraham te achte pou yon sòm lajan nan men fis a Hémor yo, an Sichem.
ACT 7:17 Men pandan tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte,
ACT 7:18 jiskaske Yon lòt wa te leve sou Égypte ki pa t konnen anyen de Joseph.
ACT 7:19 Se te li menm ki te sèvi gwo koken pou pran avantaj sou ras nou an, e maltrete zansèt nou pou yo ta kab fè zanfan pa nou yo pa t kab viv.
ACT 7:20 Se te nan tan sila a ke Moïse te ne. Li te byen bèl nan zye Bondye, e li te okipe pandan twa mwa lakay papa li.
ACT 7:21 Epi lè l te abandone, fi Pharaon an te pran li e te nouri li kòm pwòp fis pa li.
ACT 7:22 Moïse te enstwi nan tout konesans Ejipsyen an, e li te vin yon nonm byen fò nan pawòl ak nan zak.
ACT 7:23 Men lè l t ap pwoche laj karant ane, sa te antre nan tèt li pou vizite frè li yo, fis Israël yo.
ACT 7:24 Konsa, lè l te wè youn nan yo byen maltrete, li te defann li, e te vanje pou sila ki te oprime a, e konsa, te touye Ejipsyen an.
ACT 7:25 Li te sipoze ke frè li yo te konprann ke Bondye t ap bay yo delivrans atravè li menm, men yo pa t konprann.
ACT 7:26 “Nan jou swivan an, li te parèt a yo menm pandan yo t ap goumen youn avèk lòt. Li te eseye rekonsilye yo nan lapè e te di: ‘Moun yo, se frè nou ye. Poukisa nou ap fè mal a youn lòt?’
ACT 7:27 “Men sila ki t ap fè frè l la mal la te bourade l e te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf ak jij sou nou?
ACT 7:28 Èske ou gen entansyon touye m menm jan ke ou te touye Ejipsyen an ayè a?’
ACT 7:29 “Akoz pawòl sila a Moïse te sove ale, e te vin yon etranje nan peyi Madian, kote li te vin papa a de fis.
ACT 7:30 “Apre karant ane te pase, Yon zanj te parèt a li menm nan dezè Mòn Sinaï nan flanm a yon touf bwa.
ACT 7:31 Lè Moïse te wè l, li te etone de sa l te wè a. Lè l te pwoche pou gade pi pre, vwa Senyè a te vini sou li:
ACT 7:32 ‘Mwen menm se Bondye a zansèt nou yo, Bondye Abraham nan, Isaac ak Jacob la’. Moïse te tranble avèk laperèz e pa t menm vle pran chans gade.
ACT 7:33 “Men SENYÈ a te di l: ‘Retire sapat nan pye ou, paske lye kote ou kanpe a se tè sen.
ACT 7:34 Mwen anverite wè soufrans pèp Mwen an an Égypte e tande plent yo, e Mwen gen tan vini desann pou delivre yo. Vini koulye a e Mwen va voye ou an Égypte.’
ACT 7:35 “Menm Moïse sila a ke yo te rejte lè yo te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf e yon jij?’ Se sila a ke Bondye te voye pou li ta kapab non sèlman yon chèf, men yon liberatè avèk èd zanj ki te parèt kote li nan touf bwa a.
ACT 7:36 Mesye sila a te mennen yo sòti, e te fè mèvèy ak sign nan peyi Égypte, ak nan Lamè Wouj, epi pandan karant ane nan dezè a.
ACT 7:37 Se te Moïse sila a ki te di a fis Israël yo: ‘Bondye va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo.’
ACT 7:38 “Sa se li menm ki te nan asanble nan dezè a; ki te avèk zanj ki t ap pale avè l sou Mòn Sinaï a, e avèk zansèt nou yo, ki te te resevwa pawòl vivan yo pou pase bannou.
ACT 7:39 “Zansèt nou yo pa t dakò obeyisan a li menm, men yo te rejte l, e nan kè yo, yo te vire tounen an Égypte.
ACT 7:40 Konsa yo di a Aaron: ‘Fè pou nou dye yo ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a ki te mennen nou sòti an Égypte la, nou pa menm konnen kisa ki rive li.’
ACT 7:41 Nan tan sa a yo te fè yon jenn bèf. Yo te pote yon sakrifis pou zidòl la, e yo t ap rejwi yo nan zèv a pwòp men yo.
ACT 7:42 “Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo: ‘Se pa t a Mwen menm ke nou te ofri ofrann ak sakrifis karant ane nan dezè a, O lakay Israël.
ACT 7:43 Men nou te pran anplis, tabènak Moloch la, ak zetwal a dye Remphan an; imaj ke nou te fè pou adore yo. Pou sa a Mwen osi va retire nou jis rive lòtbò Babylone.’
ACT 7:44 “Zansèt nou yo te gen tabènak temwayaj nan dezè a, menm jan ke Sila ki te pale avèk Moïse la te kòmande li pou fè, selon modèl ke li te wè a.
ACT 7:45 “Konsa, zansèt nou yo ki te resevwa li nan lè pa yo, te pote li avèk Josué lè l te depouye nasyon ke Bondye te chase devan yo jis rive nan tan David la.
ACT 7:46 David te twouve favè nan zye Bondye, e te mande pou li ta kapab jwenn yon mezon pou Bondye Jacob la abite.
ACT 7:47 Men se te Salomon ki te bati yon kay pou Li.
ACT 7:48 “Poutan Trè Wo a pa rete nan kay ki fèt pa men moun, jan pwofèt la di a:
ACT 7:49 ‘Syèl la se twòn Mwen, E tè a se ban pou pye Mwen. Ki kalite kay ou kapab fè pou Mwen?’ ‘Oubyen ki plas ki gen pou repo Mwen?
ACT 7:50 Se pa t men Mwen ki te fè tout bagay sa yo?’
ACT 7:51 “Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo.
ACT 7:52 Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine.
ACT 7:53 Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon òdonans pa zanj yo, te vyole li.”
ACT 7:54 Alò, lè yo te tande sa, yo te blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.
ACT 7:55 Men ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki te kanpe bò men dwat Bondye.
ACT 7:56 Li te di: “Gade byen, Mwen wè syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”
ACT 7:57 Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa,
ACT 7:58 e lè yo te fin pouse li deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.
ACT 7:59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”.
ACT 7:60 Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.
ACT 8:1 Saul te fin dakò nèt ak lanmò li. Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo.
ACT 8:2 Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.
ACT 8:3 Men Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.
ACT 8:4 Konsa sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.
ACT 8:5 Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.
ACT 8:6 Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo.
ACT 8:7 Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te paralize e bwate te geri.
ACT 8:8 Donk, te gen anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.
ACT 8:9 Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.
ACT 8:10 Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: “Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.”
ACT 8:11 Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk metye maji sila a.
ACT 8:12 Men lè yo te kwè Philippe ki t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an.
ACT 8:13 Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil sign ak mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.
ACT 8:14 Alò, lè apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye Pierre avèk Jean bay yo.
ACT 8:15 Lè yo te vin desann, yo te priye pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an.
ACT 8:16 Paske Li potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus.
ACT 8:17 Alò, yo te mete men sou yo, epi yo te resevwa Lespri Sen an.
ACT 8:18 Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan.
ACT 8:19 Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.”
ACT 8:20 Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab vin genyen don Bondye a avèk lajan.
ACT 8:21 Ou pa gen ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye.
ACT 8:22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone.
ACT 8:23 Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e mare nan inikite.”
ACT 8:24 Men Simon te reponn e te di: “Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”
ACT 8:25 Alò, lè yo te fin temwaye solanèlman, e te pale pawòl Senyè a, yo te fè wout yo pou retounen Jérusalem. Konsa, tou, yo te preche bòn nouvèl la nan anpil vilaj Samariten.
ACT 8:26 Men yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)
ACT 8:27 Konsa, li te leve ale, epi konsa, te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e te la nan Jérusalem pou adore Bondye.
ACT 8:28 Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a.
ACT 8:29 Alò Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.
ACT 8:30 Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”
ACT 8:31 Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.
ACT 8:32 Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a: “Li te mennen kon yon mouton nan labatwa. Kon yon jenn mouton an silans devan sa k ap taye lenn sou do l, li pa t louvri bouch li.
ACT 8:33 Nan imilyasyon, jistis li te rachte. Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la? Paske vi Li retire sou tè a.”
ACT 8:34 Lenik lan te reponn Philippe e te di: “Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?”
ACT 8:35 Alò, Philippe te louvri bouch li e te kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.
ACT 8:36 Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, lenik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.”
ACT 8:37 Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.”
ACT 8:38 Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.
ACT 8:39 Lè yo te sòti nan dlo a, Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.
ACT 8:40 Men Philippe te twouve li menm nan Azot. Pandan li t ap travèse, li te kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.
ACT 9:1 Alò, Saul, toujou t ap respire menas ak asasina kont disip a Senyè yo, jis li rive devan wo prèt la.
ACT 9:2 Li te mande li bay li lèt a sinagòg Damas yo pou si li te twouve nenpòt moun ki nan Chemen an, fanm kou gason, li ta kapab mennen yo mare a Jérusalem.
ACT 9:3 Pandan li t ap fè wout la, li rive ke li t ap pwoche Damas, epi sibitman, yon gran limyè ki sòti nan syèl la te klere tout ozanviwon li.
ACT 9:4 Li te tonbe atè e te tande yon vwa ki t ap di l: “Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?”
ACT 9:5 Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?” Li te di: “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.
ACT 9:6 Men leve, antre nan vil la, e ou va tande kisa ou dwe fè.”
ACT 9:7 Mesye ki te vwayaje avè l yo te kanpe san di anyen. Yo te tande vwa a, men yo pa t wè pèsòn.
ACT 9:8 Saul te leve atè a, e malgre zye li te louvri, li pa t kab wè anyen. Yo te mennen li pa lamen, e te fè l rive Damas.
ACT 9:9 Li pa t kab wè pandan twa jou, ni li pa t manje, ni bwè.
ACT 9:10 Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele Ananias. Senyè a te di l nan yon vizyon: “Ananias!” Li te reponn: “Men mwen, Senyè.”
ACT 9:11 Senyè a te di li: “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye.
ACT 9:12 Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou poze men l sou li, pou l wè ankò.”
ACT 9:13 Men Ananias te reponn: “Senyè, mwen tande de anpil moun sou mesye sila a; kijan li te fè sen ou yo mal Jérusalem.
ACT 9:14 Isit la menm, li gen otorite ki sòti nan chèf prèt yo pou mare tout sila ki rele Non Ou yo.”
ACT 9:15 Men Senyè a te di li: “Ale paske li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo.
ACT 9:16 Paske Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”
ACT 9:17 Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”
ACT 9:18 Imedyatman bagay tankou kal te sòti tonbe nan zye li, e li vin wè ankò. Li te leve e te batize.
ACT 9:19 Li te pran manje e te reprann fòs li. Alò, pandan kèk jou, li te avèk disip ki te Damas yo.
ACT 9:20 Epi imedyatman, li te kòmanse pwoklame Jésus nan sinagòg yo e t ap di: “Li se Fis Bondye a”.
ACT 9:21 Tout sila ki t ap tande li yo te etone tout tan, e t ap di: “Èske sa se pa sila ki nan Jérusalem te detwi sila yo ki te envoke non sa a, e ki te vini isit la ekspre pou mennen yo mare devan chèf prèt yo?”
ACT 9:22 Men Saul te kontinye ap vin pi fò, e t ap konfonn Jwif ki te rete Damas yo avèk prèv ke Jésus sila a se Kris la.
ACT 9:23 Lè anpil jou te fin pase, Jwif yo te fè konplo ansanm pou yo ta touye li,
ACT 9:24 men konplo yo te vin konnen pa Saul. Yo te veye pòtay yo lajounen kon lannwit pou yo ta kapab mete l a lanmò.
ACT 9:25 Men disip li yo te pran li nan lannwit, e yo te fè l desann sou miray la nan yon gwo panyen.
ACT 9:26 Konsa, lè Saul te vini Jérusalem, li te eseye pran kontak avèk disip yo, men yo te pè l. Yo pa t kwè ke li te yon disip.
ACT 9:27 Men Barnabas te pran li e te mennen l devan apòt yo. Paul te eksplike yo kijan li te wè Senyè a sou wout la. Ke Li te pale avèk li, epi kijan nan Damas li te pale avèk kouraj nan non Jésus.
ACT 9:28 Li te avèk yo pou antre nan Jérusalem.
ACT 9:29 Li t ap pale avèk anpil kouraj nan non Senyè a. Li t ap pale e diskite avèk Jwif Grèk yo men yo t ap eseye mete l a lanmò.
ACT 9:30 Men lè tout frè yo te vin konprann sa, yo te mennen li desann Césarée, e te voye li ale Tarse.
ACT 9:31 Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.
ACT 9:32 Alò pandan Pierre t ap vwayaje nan rejyon sa yo, li te desann osi bò kote fidèl ki te rete nan Lydde yo.
ACT 9:33 La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize.
ACT 9:34 Pierre te di li: “Enée, Jésus Kri geri ou. Leve e fè kabann ou.” Nan menm enstan li te leve.
ACT 9:35 Tout moun ki te rete nan Lydde ak Saron yo te wè l, e yo te vire vè Senyè a.
ACT 9:36 Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan.
ACT 9:37 Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè.
ACT 9:38 Lydde te toupre Joppé, e disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!
ACT 9:39 Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.
ACT 9:40 Men Pierre te voye yo tout deyò, e te mete l sou jenou l pou l priye, e pandan l ap vire bò kote kò a, li te di: “Tabitha, leve.” Li te louvri zye li, e lè l te wè Pierre, li te chita.
ACT 9:41 Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.
ACT 9:42 Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, eanpil moun te kwè nan Senyè a.
ACT 9:43 Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon bòs tanè ke yo rele Simon.
ACT 10:1 Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan kowòt Italyen an.
ACT 10:2 Li te yon mesye fidèl ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman.
ACT 10:3 Anviwon nevyèm è nan jounen an, li te wè byen klè nan yon vizyon, yon zanj Bondye ki te vin kote li e te di l: “Corneille!”
ACT 10:4 Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?” Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye.
ACT 10:5 Koulye a, voye kèk moun Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre.
ACT 10:6 Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele Simon ki rete bò lanmè a.”
ACT 10:7 Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan.
ACT 10:8 Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo Joppé.
ACT 10:9 Nan jou apre a, pandan yo te nan chemen yo, ap pwoche vil la Pierre te ale sou do kay la nan anviwon sizyèm è pou priye.
ACT 10:10 Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te tonbe nan yon rèv.
ACT 10:11 Konsa, li te wè syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè.
ACT 10:12 Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo.
ACT 10:13 Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!”
ACT 10:14 Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”
ACT 10:15 Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: “Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”
ACT 10:16 Sa te rive twa fwa; epi imedyatman, bagay la te vin remonte nan syèl la.
ACT 10:17 Alò, Pierre te byen twouble nan lespri li sou sa vizyon li te wè z te siyifi. Epi konsa mesye ki te voye pa Corneille yo, lè yo te fin mande tout direksyon pou kay Simon, te parèt nan pòtay la.
ACT 10:18 Yo te rele anlè, pou mande si Simon, ke yo rele osi Pierre a te rete la.
ACT 10:19 Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou.
ACT 10:20 Alò, leve desann eskalye a pou akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.”
ACT 10:21 Pierre te desann vè moun yo. Li te di yo: “Se mwen menm nou ap chache a. Se pou ki rezon nou vini an?”
ACT 10:22 Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande yon mesaj de ou menm.”
ACT 10:23 Konsa, li te envite yo antre, e li te bay yo lojman. Nan jou swivan an, li te leve. Li te sòti avèk yo, e kèk nan frè Joppé yo te akonpanye li.
ACT 10:24 Nan youn jou pita, li te antre Césarée. Alò, Corneille t ap tann yo. Li te rele ansanm fanmi ak zanmi ki pwòch li yo.
ACT 10:25 Lè Pierre te antre, Corneille te rankontre li, e te tonbe nan pye li pou adore li.
ACT 10:26 Men Pierre te leve l e te di: “Kanpe non, mwen menm se sèlman yon moun.”
ACT 10:27 Pandan li t ap pale avèk li, li te antre, e te twouve anpil moun deja reyini.
ACT 10:28 Pierre te di yo: “Nou menm nou konnen kijan sa kont lalwa pou yon nonm ki se yon Jwif vin asosye avèk yon etranje, ni pou vizitè li. Men Bondye te deja montre m ke mwen pa dwe rele pèsòn pa sen oubyen pa pwòp.
ACT 10:29 Se pou rezon sa ke m te vini menm san okenn objeksyon lè yo te fè mwen vini an. Konsa, mwen mande pou ki sa nou fè mwen vini an?”
ACT 10:30 Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye.
ACT 10:31 Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye.
ACT 10:32 Pou sa, voye Joppé pou envite Simon, ke yo rele osi Pierre, pou vin kote nou. Li rete lakay Simon, ki se bòs tanè bò lanmè a.’
ACT 10:33 Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”
ACT 10:34 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn,
ACT 10:35 men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm.
ACT 10:36 Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.
ACT 10:37 “Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a;
ACT 10:38 sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.
ACT 10:39 “Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa.
ACT 10:40 Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib
ACT 10:41 pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a.
ACT 10:42 Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jij a vivan e a mò yo.
ACT 10:43 “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”
ACT 10:44 Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.
ACT 10:45 Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou.
ACT 10:46 Paske yo te tande yo pale an lang, e egzalte Bondye. Alò, Pierre te reponn:
ACT 10:47 “Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?”
ACT 10:48 Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri. Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.
ACT 11:1 Alò, apòt yo ak frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a.
ACT 11:2 Men lè Pierre te vin monte Jérusalem, sila ki te sikonsi yo te vin pa dakò avèk li.
ACT 11:3 Yo t ap di: “Ou te ale kote moun ensikonsi yo, e te manje avèk yo.”
ACT 11:4 Konsa, Pierre te kòmanse eksplike yo istwa a nan lòd ke tout bagay te rive yo. Li te di:
ACT 11:5 “Mwen te nan vil Joppé, e mwen te nan lapriyè. Nan yon pwofon somèy mwen te fè yon vizyon; yon sèten objè ki te vin desann kon yon gwo dra ki kenbe nan kat kwen soti nan syèl la, e li te vini tou dwat devan mwen.
ACT 11:6 Lè m te fikse zye m sou li, e t ap gade l, mwen te wè bèt latè a kat pye, bèt sovaj, reptil, ak zwazo syèl yo.
ACT 11:7 Konsa, mwen te tande yon vwa ki te di m: ‘Leve Pierre; touye e manje.’
ACT 11:8 “Men mwen te di: ‘Non Senyè, paske anyen ki pa sen, oswa ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’
ACT 11:9 “Men yon vwa ki soti nan syèl la te reponn yon dezyèm fwa: ‘Sa ke Bondye fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.’
ACT 11:10 Sa te fèt twa fwa, epi tout bagay yo te rale monte ankò nan syèl la.
ACT 11:11 “Epi gade byen, nan moman sa a, twa mesye ki te voye kote mwen sòti Césarée, te parèt devan kay la kote nou te rete a.
ACT 11:12 “Lespri a te di m ale avèk yo san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a.
ACT 11:13 “Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la.
ACT 11:14 Li va pale nou pawòl yo. Ak yo menm nou va sove, nou menm avèk tout lakay nou.’
ACT 11:15 “Epi lè mwen te kòmanse pale Lespri Sen an te vin tonbe sou yo menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an.
ACT 11:16 Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: ‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’
ACT 11:17 “Donk, si Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”
ACT 11:18 Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”
ACT 11:19 Answit, moun ki te gaye akoz pèsekisyon ki te leve a, ansanm ak zafè Étienne nan, te fè wout yo pou Phénicie, Chypre, ak Antioche, e yo t ap pale pawòl la a Jwif yo sèlman.
ACT 11:20 Men te gen nan yo, moun Chypre ak Cyrène ki te vini Antioche. E yo te kòmanse pale ak Grèk yo osi, e t ap preche Senyè Jésus a.
ACT 11:21 Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a.
ACT 11:22 Nouvèl yo te rive nan zòrèy a legliz la nan Jérusalem, e yo te voye Barnabas Antioche.
ACT 11:23 Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.
ACT 11:24 Paske li te yon bon moun. Li te ranpli ak Lespri Sen an, ak lafwa. Konsa, anpil moun te adisyone a Senyè a.
ACT 11:25 Barnabas te kite Tarse pou ale jwenn Saul.
ACT 11:26 Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun. Disip yo te premyèman rele “Kretyen” la a, nan Antioche.
ACT 11:27 Alò nan tan sa a, kèk pwofèt te sòti Jérusalem pou rive Antioche.
ACT 11:28 Youn nan yo ke yo te rele Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la.
ACT 11:29 Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a frè yo nan Judée.
ACT 11:30 Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo.
ACT 12:1 Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo.
ACT 12:2 Li te mete Jacques, frè a Jean a lanmò avèk yon nepe.
ACT 12:3 Lè l te wè ke sa te fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo.
ACT 12:4 Lè l te sezi li, li te mete l nan prizon, e te livre li a kat ekip sòlda pou yo te veye l, avèk entansyon apre Pak la, pou mennen l devan pèp la.
ACT 12:5 Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.
ACT 12:6 Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.
ACT 12:7 Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!” Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.
ACT 12:8 Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”
ACT 12:9 Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te yon vizyon ke li t ap fè.
ACT 12:10 Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.
ACT 12:11 Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”
ACT 12:12 Lè li te fin konprann sa, li te ale lakay Marie, manman a Jean ki osi te rele Marc. La, anpil moun te reyini ansanm e t ap priye.
ACT 12:13 Lè l te frape nan pòtay la, yon sèvant kay la ki te rele Rhode te vin reponn.
ACT 12:14 Lè l te rekonèt vwa Pierre a akoz kè kontan li, li pa t ouvri pòt la, men te kouri anndan, e te anonse ke Pierre te kanpe devan pòtay la.
ACT 12:15 Yo te di li: “Ou fin pèdi tèt ou!” Men li te kontinye ensiste ke se te konsa. Yo t ap di: “Se zanj li”.
ACT 12:16 Men Pierre te kontinye frape sou pòtay la. Lè yo te louvri pòt la, yo te wè li. Yo te etone.
ACT 12:17 Men li te fè yon sinyal avèk men l, pou yo fè silans, e te eksplike yo jan Senyè a te mennen li sòti nan prizon an. Li te di: “ Fè Jacques ak frè yo konnen bagay sa yo.” Konsa, li te pati e te ale yon lòt kote.
ACT 12:18 Lè jounen an te rive, se pa ti kras tenten ki te genyen pami sòlda yo sou sa ki te rive Pierre a.
ACT 12:19 Lè Hérode te chache li e li pa t twouve l, li te egzamine gad yo e te kòmande pou yo te egzekite. Li te desann, soti Judée pou ale Césarée e t ap pase tan an la.
ACT 12:20 Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a.
ACT 12:21 Nan jou apwente a, Hérode te mete sou li tout rad wayal yo. Li te pran chèz li sou twòn nan, e te kòmanse livre yon diskou piblik a yo menm.
ACT 12:22 Konsa, pèp la t ap kriye: “Se vwa a yon dye, pa a yon moun!”
ACT 12:23 Imedyatman yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri.
ACT 12:24 Men pawòl Senyè a te kontinye grandi e te vin miltipliye.
ACT 12:25 Barnabas ak Saul te retounen Jérusalem lè yo te fin akonpli misyon pa yo a. Yo te pran Jean avèk yo ki te osi rele Marc.
ACT 13:1 Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.
ACT 13:2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”
ACT 13:3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.
ACT 13:4 Konsa, ranvwaye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre.
ACT 13:5 Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis Jean te la pou ede yo.
ACT 13:6 Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten majisyen Jwif, yon fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus
ACT 13:7 ki te avèk pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.
ACT 13:8 Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont lafwa a.
ACT 13:9 Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li.
ACT 13:10 Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a?
ACT 13:11 Koulye a, gade byen men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.” Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.
ACT 13:12 Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de doktrin Senyè a.
ACT 13:13 Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem.
ACT 13:14 Men kontinye soti Perge yo te rive Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita.
ACT 13:15 Aprè Lalwa ak Pwofèt yo te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”
ACT 13:16 Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki krent Bondye, koute:
ACT 13:17 Bondye a pèp Israël sa a te chwazi zansèt nou yo, e te fè pèp la onore pandan sejou yo nan peyi Égypte. Epi avèk yon bra leve Li te mennen yo sòti ladann.
ACT 13:18 Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a.
ACT 13:19 “Lè L te fin detwi sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane.
ACT 13:20 Apre bagay sa yo, Li te bay yo jij yo jiska Samuel, pwofèt la.
ACT 13:21 “Yo te mande pou yon wa, epi Bondye te bay yo Saul, Fis a Kis la, yon nonm nan tribi Benjamin an pou karant ane.
ACT 13:22 “Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: ‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.
ACT 13:23 “Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël yon Sovè, Jésus.
ACT 13:24 “Avan Li te vini Jean te preche yon batèm repantans pou tout pèp Israël la.
ACT 13:25 Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase.
ACT 13:26 “Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj sali sila a voye.
ACT 13:27 Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvènè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li.
ACT 13:28 Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te mande Pilate pou li ta fè l mouri.
ACT 13:29 Epi lè yo te fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.
ACT 13:30 “Men Bondye te leve Li soti nan lanmò.
ACT 13:31 Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, te wè li, menm sila yo ki koulye a se temwen Li a pèp la.
ACT 13:32 “Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a pwomès ki te fèt a zansèt nou yo,
ACT 13:33 ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan: ‘Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen fè Ou.’
ACT 13:34 “Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: ‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’
ACT 13:35 “Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke ‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’
ACT 13:36 “Paske David, apre li te sèvi plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon.
ACT 13:37 Men Sila ke Bondye te fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm.
ACT 13:38 “Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm.
ACT 13:39 Selon Li menm, tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.
ACT 13:40 “Konsa, fè atansyon, pou sa ki te pale nan pwofèt yo pa vini sou nou:
ACT 13:41 ‘Gade byen mokè yo; Vin etone, e peri! Paske M ap acheve yon zèv nan jou nou yo, yon zèv ke nou p ap janm kwè, menmsi yon moun ta eksplike nou li.’”
ACT 13:42 Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen Saba a.
ACT 13:43 Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan gras Bondye a.
ACT 13:44 Nan pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.
ACT 13:45 Men lè Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.
ACT 13:46 Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen n ap vire bò kote pèp etranje yo.
ACT 13:47 Paske konsa Senyè a te kòmande nou: ‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo, pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’”
ACT 13:48 Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki te nome pou lavi etènèl yo te kwè.
ACT 13:49 Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an.
ACT 13:50 Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò tèritwa yo.
ACT 13:51 Men yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone.
ACT 13:52 Epi disip yo te kontinye ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.
ACT 14:1 Nan Icone yo te antre nan sinagòg a Jwif yo ansanm, e yo te pale nan yon jan ki te fè yon gran foul, ni Jwif, ni Grèk kwè.
ACT 14:2 Men Jwif ki pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo.
ACT 14:3 Malgre sa, yo te rete la pou anpil tan, e t ap pale avèk kouraj. Yo te depann de Senyè a, ki t ap temwaye de pawòl lagras Li a, e te pèmèt ke sign ak mèvèy te vin fèt pa men pa yo.
ACT 14:4 Men moun vil yo te divize. Kèk te pran pati a Jwif yo, e kèk vè apòt yo.
ACT 14:5 Lè Jwif yo avèk ofisye yo ansanm ak pèp etranje yo te tante maltrete yo, e te fè plan lapide yo,
ACT 14:6 yo te vin okouran de sa a, e te sove ale nan vil Lycaonie, Lystre, ak Derbe yo, ak tout rejyon ozanviwon an.
ACT 14:7 Epi la Yo te kontinye preche bòn nouvèl la.
ACT 14:8 Nan Lystre te chita yon sèten mesye, ki pa t gen fòs nan pye li. Li te bwate depi li sòti nan vant manman L, e li pa t janm te mache.
ACT 14:9 Mesye sa a t ap koute Paul pandan li t ap pale. Lè Paul te fikse zye l sou li, e te wè ke li te gen lafwa pou l ta geri,
ACT 14:10 li te di avèk yon vwa fò: “Kanpe dwat sou pye ou!” Konsa, li te vòltije kanpe, e te kòmanse mache.
ACT 14:11 Lè foul la te wè sa Paul te fè a, yo te leve vwa yo nan langaj Likaonyen an “Se dye yo ki vin sanble ak moun e ki desann vè nou.”
ACT 14:12 Konsa, yo te rele Barnabas Jupiter, e Paul Mercure, akoz ke se te li menm ki te chèf pou pale.
ACT 14:13 Alò, prèt Jupiter a, ki te gen tanp li fenk deyò vil la, te mennen towo bèf avèk kolye flè yo devan pòtay yo pou l te ofri sakrifis yo ansanm avèk foul la.
ACT 14:14 Men lè apòt yo, Barnabas ak Paul te tande sa, yo te chire rad yo. Yo te kouri nan mitan foul la e t ap rele
ACT 14:15 “Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann.
ACT 14:16 Nan jenerasyon ki pase yo, Li te pèmèt tout nasyon yo fè pwòp chemen yo.
ACT 14:17 Men malgre sa Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.”
ACT 14:18 Malgre tout pawòl sa yo, se te avèk difikilte ke yo te anpeche foul la fè sakrifis a yo menm.
ACT 14:19 Men Jwif ki te sòti Antioche ak Icone yo te vin parèt e te mennen foul la. Pou sa a, yo te lapide Paul avèk wòch e te rale l sòti nan vil la. Yo te konnen se mouri, li te mouri.
ACT 14:20 Men pandan disip yo te kanpe antoure li, li te leve, e te antre nan vil la. Nan pwochen jou a, li te sòti avèk Barnabas pou rive Derbe.
ACT 14:21 Aprè yo te fin preche levanjil nan vil sa a, e te fè anpil disip, yo te retounen Lystre, Icone ak Antioche.
ACT 14:22 La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”
ACT 14:23 Lè yo te fin nome ansyen yo nan chak legliz, priye ak jene, yo te plase yo nan men Senyè a, de Li menm ke yo te vin kwè a.
ACT 14:24 Konsa, yo te travèse Pisidie, pou rive Pamphylie.
ACT 14:25 Lè yo te fin pale pawòl la nan Perge, yo te desann Attalie.
ACT 14:26 Soti la yo te pran bato a vwal pou rive Antioche. Se te la menm yo te premyèman kòmande pa gras Bondye a pou zèv ke yo te fenk fin akonpli a.
ACT 14:27 Yo te rive e reyini tout legliz la ansanm. Yo te kòmanse bay rapò a tout bagay ke Bondye te fè avèk yo, ak jan Li te louvri pòt lafwa a pèp etranje yo.
ACT 14:28 La yo te pase anpil tan avèk disip yo.
ACT 15:1 Alò kèk mesye te desann sòti Judée e te kòmanse enstwi frè yo: “Amwenske nou vin sikonsi selon koutim Moïse la, nou pa kapab sove.”
ACT 15:2 Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a.
ACT 15:3 Konsa voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil.
ACT 15:4 Lè yo te rive Jérusalem, yo te resevwa pa legliz la avèk tout apòt ak ansyen yo. Konsa, yo te bay yon rapò konplè de tout sa ke Bondye te fè avèk yo.
ACT 15:5 Men kèk nan gwoup Farizyen ki te kwayan yo te kanpe e te di: “Li nesesè pou sikonsi yo, e pou fè yo swiv Lalwa Moïse la.”
ACT 15:6 Apòt ak ansyen yo te vin reyini ansanm pou egzamine afè sila a.
ACT 15:7 Apre anpil diskisyon, Pierre te kanpe e te di yo: “Frè yo, nou konnen ke nan tan pase yo, Bondye te fè yon chwa pami nou, ke pa bouch mwen, pèp etranje yo ta dwe tande pawòl levanjil la, e vin kwè.
ACT 15:8 Bondye ki konnen kè a, te temwaye a yo menm, e te bay yo Lespri Sen an, menm jan ke Li te fè nou an.
ACT 15:9 Li pa t fè distenksyon antre nou ak yo, e te netwaye kè yo pa lafwa.
ACT 15:10 “Alò konsa, poukisa nou mete Bondye a leprèv la a lè nou plase sou kou a disip yo yon jouk ke ni zansèt nou yo, ni nou menm pa t kapab pote?
ACT 15:11 Men nou kwè ke nou sove pa lagras a Senyè Jésus a, menm jan ak yo menm.”
ACT 15:12 Tout foul la te rete an silans. Yo t ap koute Barnabas ak Paul lè yo t ap eksplike ki sign ak mirak Bondye te fè atravè yo menm pami pèp etranje yo.
ACT 15:13 Apre yo te fin pale Jacques te reponn e te di: “Frè yo, koute mwen.
ACT 15:14 Simon eksplike nou jan Bondye te premyèman pran pami pèp etranje yo, yon pèp pou non Li.
ACT 15:15 Epi avèk sa a, pawòl a pwofèt yo dakò, jis jan sa ekri a:
ACT 15:16 ‘Apre bagay sa yo Mwen va retounen. Mwen va rebati tabènak David ki te tonbe a. Mwen va rebati ranblè li yo, e Mwen va restore li
ACT 15:17 pou tout rès limanite a kapab chache Bondye, ak tout pèp etranje yo ki rele pa non Mwen,’
ACT 15:18 di Senyè a ki fè tout bagay sila yo konnen depi nan tan ansyen an.
ACT 15:19 “Konsa, se jijman pa m pou nou pa twouble sila k ap tounen vè Bondye yo ki soti pami pèp etranje yo,
ACT 15:20 men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san.
ACT 15:21 Paske Moïse, depi nan ansyen jenerasyon yo gen kwayan nan chak vil sa yo ki preche li, paske li konn li nan sinagòg yo chak Saba.”
ACT 15:22 Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo.
ACT 15:23 Yo te voye lèt sa a avèk yo: “Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon.
ACT 15:24 “Akoz ke nou tande ke kèk nan nou ki pa t resevwa enstriksyon de nou menm, ap twouble nou avèk pawòl k ap boulvèse nanm nou,
ACT 15:25 li te sanble bon pou nou, akoz nou tout te vin dakò ansanm, pou chwazi kèk mesye pou voye kote nou avèk byeneme nou yo, Barnabas ak Paul.
ACT 15:26 Se mesye yo ki riske lavi yo pou non a Senyè nou an, Jésus Kri.
ACT 15:27 “Konsa, nou voye Jude ak Silas ki yo menm va osi bay rapò a menm bagay sila yo pa pawòl nan bouch yo.
ACT 15:28 “Paske li te parèt bon pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo:
ACT 15:29 pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”
ACT 15:30 Donk, lè yo te voye yo ale, yo te desann Antioche. Yo te rasanble tout asanble a ansanm pou te livre lèt la.
ACT 15:31 Lè yo te li li, yo te rejwi yo akoz ankourajman li te bay.
ACT 15:32 Jude ak Silas, ki te pwofèt yo menm osi, te ankouraje e ranfòse frè yo avèk yon mesaj byen long.
ACT 15:33 Apre yo fin pase tan la a, frè yo te voye yo anpè, pou retounen kote sila ki te voye yo.
ACT 15:34 Men li te sanble bon pou Silas pou l te rete la.
ACT 15:35 Konsa, Paul ak Barnabas te rete Antioche ansanm ak anpil lòt, pou preche e enstwi pawòl Senyè a.
ACT 15:36 Apre kèk tan, Paul te di Barnabas: “Annou retounen pou vizite chak vil kote nou te pwoklame pawòl Senyè a pou nou wè kijan yo ye.”
ACT 15:37 Barnabas te vle pran Jean Marc pou ale avèk yo tou.
ACT 15:38 Men Paul te ensiste ke yo pa ta dwe pran li ki te abandone yo nan Pamphylie, e pa t akonpanye yo nan travay la.
ACT 15:39 Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou Chypre.
ACT 15:40 Men Paul te chwazi Silas e te pati. Frè yo te remèt li nan gras Senyè a.
ACT 15:41 Li te vwayaje travèse Syrie ak Cilicie, pou ranfòse legliz yo.
ACT 16:1 Paul te vini osi nan Derbe ak Lystre. Yon disip yo te rele Timothée te la, Fis a yon fanm Jwif ki te yon kwayan, men papa li te yon Grèk.
ACT 16:2 Tout frè fidèl ki te nan Lystre avèk Icone yo te pale byen de li.
ACT 16:3 Paul te vle Timothée ale avè l. Pou rezon sa a, li te fè li sikonsi, akoz Jwif ki te nan landwa sila yo. Paske yo tout te konnen ke papa l se te yon Grèk.
ACT 16:4 Alò, pandan yo t ap travèse vil yo, yo t ap livre bay desizyon ki te detèmine pa apòt yo ak ansyen yo nan Jérusalem.
ACT 16:5 Donk legliz yo t ap ranfòse nan lafwa, e yo t ap grandi an nonb chak jou.
ACT 16:6 Yo te travèse rejyon a Phrygie ak Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie.
ACT 16:7 Lè yo te vini Mysie, yo te eseye antre Bithynie, men Lespri Jésus a pa t pèmèt yo.
ACT 16:8 Lè yo te kite Mysie, yo te desann Troas.
ACT 16:9 Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.”
ACT 16:10 Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.
ACT 16:11 Donk, nou te pran vwal sou lanmè soti Troas. Nou te kouri tou dwat pou Samothrace, e nan jou swivan an, pou Néapolis.
ACT 16:12 Nou te kite la pou Philippes, yon vil prensipal nan distri Macédoine nan, yon koloni Women.Nou te rete nan vil sa pandan kèk jou.
ACT 16:13 Nan jou Saba a, nou te ale deyò pòtay la bò kote yon rivyè kote nou te sipoze ta genyen yon kote pou lapriyè. Nou te chita e te kòmanse pale ak fanm ki te vin rasanble la yo.
ACT 16:14 Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo.
ACT 16:15 Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.
ACT 16:16 Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo.
ACT 16:17 Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè a Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, chemen sali a.”
ACT 16:18 Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou. Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: “Mwen kòmande ou nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!” E lespri a te sòti de li nan menm moman an.
ACT 16:19 Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas. Yo te trennen yo nan mache a devan otorite yo.
ACT 16:20 Lè yo te mennen yo a chèf majistra yo, yo te di: “Mesye sa yo se Jwif yo k ap boulvèse vil nou an.
ACT 16:21 Y ap pwoklame koutim ki pa pèmèt pou nou aksepte ni obsève kòm Women.”
ACT 16:22 Konsa, foul la te leve ansanm kont yo. Chèf majistra yo te chire rad yo. Yo te kòmande pou yo bat yo avèk baton.
ACT 16:23 Lè yo te fin bay yo anpil kou, yo te jete yo nan prizon, e te kòmande jandam prizon an pou veye yo de prè.
ACT 16:24 Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo nan chèn.
ACT 16:25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.
ACT 16:26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.
ACT 16:27 Jandam prizon an te leve nan dòmi, e lè l te wè tout pòt yo te vin ouvri, li te rale nepe pou touye tèt li, paske li te sipoze ke prizonye yo te chape.
ACT 16:28 Men Paul te kriye ak yon vwa fò pou di l: “Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!”
ACT 16:29 Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan Paul ak Silas,
ACT 16:30 te mennen yo deyò, e li te mande yo: “Mesye yo kisa mwen dwe fè pou m ta sove?”
ACT 16:31 Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.”
ACT 16:32 Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.
ACT 16:33 Li te pran yo nan menm lè nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li.
ACT 16:34 Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk tout lakay li.
ACT 16:35 Alò, lè jounen an te rive, chèf majistra yo te voye jandam yo pou di: “Lage moun sa yo.”
ACT 16:36 Jandam prizon an te fè rapò sa a bay Paul. Li te di: “Chèf majistra yo gen tan voye lage nou. Konsa, vin deyò kounye a e ale anpè.”
ACT 16:37 Men Paul te di yo: “Yo gen tan bat nou an piblik san jijman, moun ki se sitwayen Women, e yo te jete nou nan prizon. Alò, koulye a y ap voye nou ale an sekrè? Anverite, non! Men kite yo vini yo menm, pou mete nou deyò.”
ACT 16:38 Jandam yo te bay rapò a pawòl sila yo bay chèf majistra yo. Yo te pè lè yo te tande ke se te Women yo te ye.
ACT 16:39 Yo te vini pou te fè apèl ak yo, e lè yo te fin lage yo, yo te mande yo pou kite vil la.
ACT 16:40 Yo te kite prizon an e te antre lakay Lydie. Lè yo te wè frè yo, yo te ankouraje yo, e yo te pati.
ACT 17:1 Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif.
ACT 17:2 Selon abitid Paul, li te ale kote yo. Pandan twa Saba li te rezone avèk yo sou Ekriti Sen yo.
ACT 17:3 Li te bay eksplikasyon ak evidans ke Kris la te oblije soufri e leve ankò soti nan lanmò. Li t ap di: “Jésus sila a, ke mwen ap pwoklame a nou an, se Kris la.”
ACT 17:4 Kèk nan yo te vin kwè, e te vin jwenn avèk Paul ak Silas, ansanm avèk yon gran kantite Grèk ki te krent Bondye, ak yon kantite fanm enpòtan.
ACT 17:5 Men Jwif yo te vin jalou, e te mennen kèk mesye mechan sòti nan mache a. Yo te fòme yon ekip ajitatè, e te mete tout vil la nan yon tapaj. Lè yo te rive lakay Jason, yo t ap chache mennen yo deyò bay pèp la.
ACT 17:6 Men lè yo pa t twouve yo, yo te kòmanse rale Jason ak kèk lòt nan frè yo devan otorite vil yo. Yo t ap rele: “Mesye sa yo k ap boulvèse tout mond lan rive isit la tou.
ACT 17:7 Se Jason ki resevwa yo. Yo tout aji kont dekrè César a. Y ap di gen yon lòt wa, Jésus!”
ACT 17:8 Foul la ak chèf yo te byen twouble lè yo tande bagay sa yo.
ACT 17:9 Lè yo te resevwa yon bon garanti nan men Jason ak lòt yo, yo te lage yo.
ACT 17:10 Frè yo, konsa, te voye Paul ak Silas ale nan Bérée pandan nwit lan. Lè yo te rive, yo te antre nan sinagòg Jwif yo.
ACT 17:11 Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa.
ACT 17:12 Konsa, anpil nan yo te vin kwè, ansanm avèk plizyè mesye ak fanm Grèk enpòtan yo.
ACT 17:13 Men lè Jwif Thessalonique yo te vin konprann ke pawòl Bondye a te pwoklame pa Paul nan Bérée, yo te vini la osi pou yo ajite ak chofe foul la.
ACT 17:14 Alò, imedyatman frè yo te voye Paul deyò pou ale jis kote lanmè a, e Silas ak Timothée te rete la.
ACT 17:15 Alò, sila ki t ap gide Paul yo te mennen li jiska Athènes. Yo te kite li la, epi lè yo fin resevwa lòd pou fè Silas ak Timothée vin kote l pi vit ke posib, yo te ale.
ACT 17:16 Pandan Paul t ap tann yo nan Athènes, lespri li te pwovoke anndan l akoz li te wè ke vil la te ranpli nèt avèk zidòl.
ACT 17:17 Konsa, li t ap rezone nan sinagòg la avèk Jwif yo ak pèp etranje ki te krent Bondye yo, e nan mache a chak jou avèk sila ke li te konn rankontre.
ACT 17:18 Anplis, kèk nan filosòf Epikiryen ak Stoyik yo t ap diskite avè l. Kèk t ap di: “Kisa mesye ki renmen pale anpil sa a ta vle di?” Lòt yo t ap di: “Li sanble ke l ap pwoklame kèk lòt kalite dye etranje” —akoz ke li t ap preche Jésus ak rezirèksyon an.
ACT 17:19 Konsa, yo te pran li e te mennen li nan Aréopage la. Yo te di l: “Èske ou kapab eksplike nou nouvo ansèyman sila a, ke w ap pwoklame a.
ACT 17:20 Paske w ap pote kèk bagay byen dwòl nan zòrèy nou. Konsa, nou vle konnen kisa bagay sa yo vle di.”
ACT 17:21 (Alò, tout Atenyen yo ak lòt etranje ki t ap vizite la yo te konn pase tout tan yo nan pale, oswa nan tande kèk lide nèf.)
ACT 17:22 Konsa, Paul te kanpe nan mitan Aréopage la, e te di: “Mesye Athènes yo, mwen wè ke nou se moun ki renmen adore nan tout sans.
ACT 17:23 Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon lotèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.
ACT 17:24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm.
ACT 17:25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.
ACT 17:26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo;
ACT 17:27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.
ACT 17:28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’
ACT 17:29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.
ACT 17:30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti,
ACT 17:31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”
ACT 17:32 Alò, lè yo te tande de rezirèksyon lanmò a, kèk te kòmanse moke l, men lòt yo te di: “Nou dwe tande ou ankò konsènan sa a”.
ACT 17:33 Konsa Paul te sòti nan mitan yo.
ACT 17:34 Men kèk moun te vin jwenn li e te kwè. Pami sila yo te gen osi Denys, moun Aréopage la, yon fanm ki te rele Damaris, e kèk lòt avèk yo.
ACT 18:1 Apre bagay sa yo li te kite Athènes e te ale Corinthe.
ACT 18:2 Epi li te twouve yon sèten Jwif la ki te rele Aquilas, yon moun Pont ki te fenk vin sòti Italie avèk madanm li Priscille, paske Claude te kòmande tout Jwif yo pou kite Rome. Paul te ale kote yo.
ACT 18:3 Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye.
ACT 18:4 Li t ap rezone nan sinagòg la chak Saba pou l konvenk Jwif yo ak Grèk yo pou kwè.
ACT 18:5 Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te Jésus ki te Kris la.
ACT 18:6 Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a mwen va ale kote pèp etranje yo.”
ACT 18:7 Answit li te kite la pou ale lakay a yon sèten nonm ki te rele Titius Justus, yon adoratè Bondye, ki te gen kay li toupre sinagòg la.
ACT 18:8 Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.
ACT 18:9 Epi Senyè a te di Paul nan yon vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans;
ACT 18:10 paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.”
ACT 18:11 Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo.
ACT 18:12 Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan chèz jijman an.
ACT 18:13 Yo t ap di: “Nonm sila ap fè moun kwè pou adore Bondye kont lalwa a.”
ACT 18:14 Men lè Paul te prèt pou louvri bouch li, Gallion te di a Jwif yo: “Si se te yon ka a yon enjistis, oswa yon krim visye, O Jwif yo, li ta rezonab pou m ta bay nou soutyen.
ACT 18:15 Men si gen kesyon konsènan pawòl, oswa non, oswa pwòp lwa pa nou, okipe sa nou menm. Mwen pa gen enterè nan jije bagay sa yo.”
ACT 18:16 Epi li te chase yo sòti devan chèz jijman an.
ACT 18:17 Konsa, yo tout te sezi Sosthène, mèt sinagòg la, e te kòmanse bat li devan chèz jijman an. Men Gallion pa t okipe bagay sa yo menm.
ACT 18:18 Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.
ACT 18:19 Yo te rive Éphèse, e li te kite yo la. Alò, li menm te antre nan sinagòg la pou te rezone avèk Jwif yo.
ACT 18:20 Lè yo te mande li pou rete avèk yo pou plis tan, li pa t dakò,
ACT 18:21 men li te kite yo e t ap di: “Mwen va retounen kote nou ankò si Bondye vle”. E li te pran bato a vwal pou soti Éphèse.
ACT 18:22 Lè l te rive Césarée, li te monte pou salye legliz la, e li te desann Antioche.
ACT 18:23 Lè l te fin pase kèk tan la, li te sòti e te travèse youn apre lòt, nan rejyon a Galatie a ak Phrygie kote li te ranfòse tout disip yo.
ACT 18:24 Alò, yon sèten Jwif ki te rele Apollos, ki te ne nan Alexandrie, yon nonm ki te konn pale byen, e ki te fò nan Ekriti Sen yo te vini Éphèse.
ACT 18:25 Mesye sa te enstwi nan chemen Bondye a. E avèk fevè Lespri a, li t ap pale e t ap enstwi byen klè tout bagay konsènan Jésus, men te konnen sèlman batèm a Jean an.
ACT 18:26 Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè.
ACT 18:27 Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo.
ACT 18:28 Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre atravè Ekriti Sen yo ke Jésus se te Kris la.
ACT 19:1 Li te rive pandan ke Apollos te Corinthe, Paul te travèse peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip.
ACT 19:2 Li te mande yo: “Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a?” Yo te reponn li: “Non, nou pa menm konn tande si gen yon Lespri Sen.”
ACT 19:3 Li te di: “Ebyen, nan kisa konsa nou te batize?” Yo te reponn: “Nan batèm a Jean an”.
ACT 19:4 Konsa, Paul te di: “Jean te batize avèk batèm a repantans lan, e te di pèp la pou kwè nan Sila ki t ap vini apre li a, sa vle di, nan Jésus.”
ACT 19:5 Lè yo te tande sa, yo te batize nan non Senyè a Jésus Kri.
ACT 19:6 Pandan Paul te poze men l sou yo, Lespri Sen an te vini sou yo, e yo te kòmanse pale avèk lang ak pwofetize.
ACT 19:7 Te gen an tou, anviwon douz mesye.
ACT 19:8 Paul te antre nan sinagòg la, e te kontinye pale avèk gran kouraj pandan anviwon twa mwa. Li t ap rezone pou fè yo kwè selon wayòm Bondye a.
ACT 19:9 Men lè kèk t ap vin ensansib e dezobeyisan, e t ap pale mal de Chemen an devan foul la, li te kite yo e te separe disip yo. Konsa, yo t ap rezone chak jou nan lekòl Tyrannus la.
ACT 19:10 Sa te fèt pandan dezan, pou tout sila ki te rete an Asie yo ta tande pawòl Senyè a, ni Grèk, ni Jwif.
ACT 19:11 Bondye t ap fè mirak ekstrawòdinè pa men Paul
ACT 19:12 jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.
ACT 19:13 Men osi kèk nan Jwif ki te konn chase move lespri yo, ki te ale soti yon kote a yon lòt, te eseye rele non Jésus sou sila ki te gen move lespri yo, e t ap di: “Mwen bay ou lòd pa Jésus ke Paul preche a.”
ACT 19:14 Sèt fis a Scéva yo, yon chèf prèt Jwif, t ap fè sa a.
ACT 19:15 Epi move lespri yo te reponn e te di yo: “Mwen rekonèt Jésus, e mwen konnen Paul, men ki moun nou ye?”
ACT 19:16 Mesye ki te gen move Lespri a te vòltije sou yo tout e te tèlman domine yo, ke yo te kouri kite kay la toutouni, e blese.
ACT 19:17 Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.
ACT 19:18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo.
ACT 19:19 Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan.
ACT 19:20 Konsa pawòl Senyè a t ap grandi ak pwisans, e t ap renye.
ACT 19:21 Alò apre bagay sa yo te fini, Paul te pwopoze nan Lespri a, pou lè l te fin travèse Macédoine ak Achaïe, pou ale Jérusalem. Li te di: “Apre mwen fin rive la mwen dwe wè Rome tou.”
ACT 19:22 Li te rete an Asie pandan yon tan, men te voye Timothée ak Érastre, de moun ki te konn sèvi li yo, pou yo antre Macédoine.
ACT 19:23 Anviwon lè sa a, te vin pase yon gwo tapaj konsènan Chemen an.
ACT 19:24 Paske te gen yon sèten nonm ki te rele Démétris, yon òfèv ki te konn fè imaj an ajan pou tanp Artimis la, e afè kòb ke li t ap ranmase pa t yon ti kras bagay pou moun ak metye sila a.
ACT 19:25 Li te vin rasanble moun sa yo, avèk tout ouvriye ki te gen metye parèy a sa a, e te di: “Mesye yo, nou konnen ke lavi nou depann de biznis sila a.
ACT 19:26 Nou wè ak tande ke non sèlman an Éphèse, men nan prèske tout Asie a, Paul sila a gen tan fè kwè e detounen yon kantite konsiderab nan pèp la. L ap di ke dye ki fèt pa men yo se pa dye yo ye menm.
ACT 19:27 Se pa sèlman yon gwo danje ke metye sa va tonbe nan malgade, men osi ke tanp gwo deyès la, Artimis va vin san valè, e ke li menm ke tout Asie a ak lemonn adore, va menm rache sou twòn li, e pèdi mayifisans li.”
ACT 19:28 Lè yo te tande sa, yo te vin ranpli ak raj. Yo te kòmanse kriye fò e t ap di: “Gran se Artimis Efezyen yo!”
ACT 19:29 Vil la te ranpli avèk boulvèsman sa a. Yo te kouri avèk yon sèl panse antre nan teyat la, e te trennen Gaïus ak Aristarque, vwayajè parèy ak Paul ki sòti Macédoine yo.
ACT 19:30 Lè Paul te vle antre nan asanble a, disip yo te anpeche li.
ACT 19:31 Anplis, kèk nan ofisye Lazi ki te zanmi li yo te voye di l plizyè fwa pou l pa antre nan teyat la.
ACT 19:32 Alò konsa, kèk nan yo t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt, paske tout asanble a te nan konfizyon. Pifò pa t menm konnen pou ki rezon yo te vin reyini ansanm nan.
ACT 19:33 Jwif yo te mennen Alexander devan foul a. Li t ap fè sinyal avèk men l, konsi li t ap prezante yon defans a foul la.
ACT 19:34 Men lè yo te vin konprann ke se te yon Jwif li te ye, yon gwo kri te leve pami foul la. Yo te kontinye rele pandan anviwon dezè de tan: “Gran se Artimis a Efezyen yo!”
ACT 19:35 Apre li te fin kalme foul la, sekretè vil la te di: “Mesye Éphèse yo, se ki moun pami nou ki pa konnen, lavil Éphèse se gadyen tanp a gran Artimis la, imaj a sila ki te tonbe sòti nan syèl la?
ACT 19:36 Alò akoz ke bagay sa yo pa kapab demanti, nou ta dwe rete kalm e pa fè anyen ki pa saj.
ACT 19:37 Paske nou fè mesye sila yo vini isit la, ki pa ni vòlè tanp lan, ni yo pa blasfeme deyès nou an.
ACT 19:38 Donk alò, si Démétris ak ouvriye ki avè l yo gen yon plent kont nenpòt moun, tribinal yo louvri, e pwokonsil yo disponib; kite yo pote plent kont youn lòt.
ACT 19:39 “Men si nou vle yon bagay anplis ke sa, sa gen pou regle nan asanble jistis la.
ACT 19:40 Paske vrèman, nou an danje akizasyon de soulèvman akoz sa ki pase la jodi a. Nanpwen rezon pou li. Konsa, nou p ap kapab rann kont pou asanble a ki an dezòd konsa.”
ACT 19:41 Lè l fin di sa, li te ranvwaye asanble a.
ACT 20:1 Aprè tapaj la te fin sispann, Paul te voye pou disip yo. Lè l fin ekzòte yo, li te pran konje de yo, e li te sòti pou ale Macédoine.
ACT 20:2 Lè l te fin travèse tout distri sila yo e te bay yo anpil ekzòtasyon, li te rive nan peyi Grèce.
ACT 20:3 Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine.
ACT 20:4 Li te akonpanye pa Sopater de Bérée, fis a Pyrrhus la, anplis Aristarque ak Second, de Théssalonique, ak Gaius de Derbe ak Timothée ak Tychique ak Trophime ki sòti an Asie.
ACT 20:5 Men sila yo te ale avan, e t ap tann nou Troas.
ACT 20:6 Nou te pran bato a vwal soti Philippes, apre jou a Pen San Ledven yo. Nou te vin jwenn yo Troas nan senk jou, e te rete la pandan sèt jou.
ACT 20:7 Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi.
ACT 20:8 Te gen anpil lanp nan chanm anlè kote nou te reyini ansanm nan.
ACT 20:9 Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy. Pandan Paul te kontinye ap pale, dòmi te vin pran l, e li te tonbe soti nan twazyèm etaj la, e yo te vin ranmase l mouri.
ACT 20:10 Men Paul te desann e te tonbe sou li, epi apre li fin anbrase l, li te di: “Pa twouble, paske lavi li nan li.”
ACT 20:11 Lè Paul te fin remonte e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati.
ACT 20:12 Yo te pran jennonm nan ale tou vivan, e yo te byen rekonfòte.
ACT 20:13 Men nou menm, nou te fè avan pou pran bato k ap rive Asòs, kote nou te fè plan pou Paul ta monte bato a. Se konsa li te aranje sa, akoz ke li menm t ap pase pa tè.
ACT 20:14 Epi lè l te rankontre nou Asòs, nou te pran li abò, e te vini Mitilèn.
ACT 20:15 Soti la nan bato a vwal la, jou swivan an, nou te rive anfas Chios. Jou apre a nou te travèse Samòs, e jou swivan a nou te rive Milèt.
ACT 20:16 Paske Paul te fè desizyon pou depase Éphèse pou l pa ta oblije pase tan an Asie. Li t ap prese pou l te rive Jérusalem, si se te posib nan jou Fèt Lapannkot la.
ACT 20:17 Soti nan Milèt li te voye Ephèse pou rele ansyen a legliz yo pou rive kote l.
ACT 20:18 Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan
ACT 20:19 pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz konplo a Jwif yo.
ACT 20:20 Kòman mwen pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay.
ACT 20:21 Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.
ACT 20:22 “Koulye a, gade byen, mare pa Lespri a, mwen sou chemen pou rive Jérusalem, san menm konnen sa ki va rive m la,
ACT 20:23 sof ke Lespri Sen an temwaye solanèlman a mwen nan chak vil, pou di ke se kout kòd mare, avèk afliksyon k ap tann mwen.
ACT 20:24 Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.
ACT 20:25 “Epi koulye a, veye byen, mwen konnen ke nou tout, pami sila mwen te pase, e te preche wayòm nan, p ap wè figi m ankò.
ACT 20:26 Alò, mwen temwaye a nou nan jou sa, ke mwen inosan de san tout moun.
ACT 20:27 Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout volonte a Bondye a nèt.
ACT 20:28 “Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.
ACT 20:29 “Mwen konnen ke apre mwen pati, lou sovaj va vini pami nou, lou ki p ap fè gras menm a bann twoupo a.
ACT 20:30 Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene disip yo pou yo ta swiv yo.
ACT 20:31 Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou avèk dlo nan zye m.
ACT 20:32 “Epi koulye a, mwen rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.
ACT 20:33 “Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun.
ACT 20:34 Nou menm nou konnen ke men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo.
ACT 20:35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”
ACT 20:36 Lè l te fin di bagay sa yo, li te mete l a jenou, e te priye avèk yo tout.
ACT 20:37 Konsa, yo te kòmanse kriye fò. Yo te anbrase Paul, e t ap bo l anpil.
ACT 20:38 Yo te ranpli ak gwo lapèn, sitou sou pawòl li te pale a, ke yo pa t ap wè fas li ankò. Konsa yo te akonpanye li rive nan bato a.
ACT 21:1 Lè nou te rive nou te kite yo pou pran bato a vwal. Nou te kouri toudwat pou Cos, jou apre a pou Rhodes, epi soti la a pou Patara.
ACT 21:2 Lè nou te twouve yon bato ki t ap travèse vè Phénicie, nou te monte e pran vwal.
ACT 21:3 Lè nou te vin wè Chip, kite l agoch, e te kontinye kouri bato pou Syrie, e te rive nan Tyr, paske se la bato a te gen pou debake chaj li.
ACT 21:4 Apre nou fin twouve disip yo, nou te rete la pandan sèt jou. Yo menm te kontinye ap di Paul selon Lespri a pou l pa mete pye l Jérusalem.
ACT 21:5 Lè l rive ke jou nou yo pou rete la te fini, nou te pati fè wout nou, pandan yo menm avèk madanm ak timoun yo te akonpanye nou jiskaske nou te kite vil la. Apre nou te mete nou ajenou bòdmè a pou fè lapriyè, nou te di orevwa a youn lòt.
ACT 21:6 Answit, nou te monte bato a, e yo te retounenlakay yo ankò.
ACT 21:7 Lè nou te fin fè vwayaj la sòti Tyr, nou te rive Ptolémaïs. Lè nou te fin salye frè yo, nou te rete avèk yo pandan yon jou.
ACT 21:8 Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li.
ACT 21:9 Alò, nonm sa te gen kat fi vyèj ki te pwofetès.
ACT 21:10 Pandan nou te rete la pandan kèk jou, yon sèten pwofèt ki te nome Agabus te desann sòti Judée.
ACT 21:11 Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: “Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.”
ACT 21:12 Lè nou te tande sa, nou menm, menm jan avèk rezidan lokal yo, nou te kòmanse mande l pou pa monte Jérusalem.
ACT 21:13 Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou non Senyè Jésus a.”
ACT 21:14 Epi Akoz ke li pa t kab konvenk, nou te tonbe an silans e t ap di: “Ke volonte a Senyè a fèt!”
ACT 21:15 Apre jou sa yo, nou te prepare pou kòmanse fè wout nou pou monte Jérusalem.
ACT 21:16 Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete.
ACT 21:17 Apre nou te rive Jérusalem frè fidèl yo te resevwa nou avèk kè kontan.
ACT 21:18 Jou swivan an Paul te antre avèk nou vè Jacques, epi tout ansyen yo te la.
ACT 21:19 Apre li te salye yo, li te kòmanse pale youn pa youn, tout bagay ke Bondye te fè pami pèp etranje yo atravè ministè pa li a.
ACT 21:20 Lè yo te tande sa yo te kòmanse bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak zèl pou Lalwa a.
ACT 21:21 Konsa, yo konn tande de ou, ke w ap enstwi tout Jwif k ap viv pami pèp etranje yo pou renonse a Moïse, e k ap pale yo pou yo pa sikonsi pitit yo, ni pou yo pa mache selon koutim nou yo.
ACT 21:22 Alò, kisa ki dwe fèt? Sètènman yo va tande ke ou gen tan vini.
ACT 21:23 “Alò, fè sa ke nou di ou a. Nou gen kat mesye ki anba yon ve.
ACT 21:24 Pran yo avèk ou, pirifye ou menm ansanm avèk yo, e peye depans pou yo kapab taye tèt yo. Konsa, tout moun va konnen ke pa gen anyen nan tout sa ke moun di de ou yo, men ke ou menm osi mache nan lòd, epi swiv Lalwa a.
ACT 21:25 “Men konsènan pèp etranje, ki te kwè yo, nou te ekri selon desizyon nou, ke yo ta dwe evite vyann ki ofri kon sakrifis a zidòl, ak san, ak sa ki toufe, e ak imoralite seksyèl.”
ACT 21:26 Alò Paul te pran mesye yo avè l nan jou swivan an. Li te pirifye li menm ansanm avèk yo. Yo te antre nan tanp lan e te bay avètisman ke yo t ap konplete jou pirifikasyon yo jiskaske sakrifis la te ofri pou yo chak.
ACT 21:27 Lè sèt jou yo te prèske fini Jwif Asie yo, lè yo te wè l nan tanp lan, te kòmanse soulve foul la pou mete men sou li.
ACT 21:28 Yo t ap kriye fò: “Mesye Israël yo, vin bay nou konkou! Sa se mesye ki preche a tout moun kont pèp nou an ak Lalwa a, ak kote sila a. Anplis de sa, li gen tan fè Grèk yo antre nan tanp lan, e te souye lye sen sa a.”
ACT 21:29 Paske avan yo te konn wè Trophime, Efezyen an nan vil la avèk li, e yo te sipoze ke Paul te mennen l nan tanp lan.
ACT 21:30 Alò tout vil la te leve, e pèp la te kouri ansanm pou te kenbe Paul. Yo te rale l deyò tanp lan, epi nan menm moman an, pòt yo te vin fèmen.
ACT 21:31 Pandan yo t ap chache pou touye l, yon rapò te rive devan kòmandan Kowòt Women an, ke tout Jérusalem te boulvèse.
ACT 21:32 Lapoula li te pran sòlda yo avèk santenye yo, e te kouri desann kote yo. Lè yo te wè sòlda yo avèk kòmandan an, yo te sispann bat Paul.
ACT 21:33 Kòmandan an te parèt, e te kenbe li. Li te kòmande pou li mare avèk de chenn, e li te kòmanse mande l ki moun li te ye, ak kisa li fè.
ACT 21:34 Men pami foul la kèk t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt bagay. Lè l pa t kapab twouve laverite ki koze tout boulvèsman an, li te mande yo mennen l nan kazèn nan.
ACT 21:35 Lè l te rive nan eskalye a, sòlda yo te pote li akoz vyolans a foul la;
ACT 21:36 paske yon gran foul moun te kontinye ap swiv yo, e t ap rele: “Touye li!”
ACT 21:37 Pandan Paul te prèt pou antre nan kazèn nan, li te mande kòmandan an: “Èske m kapab di ou yon bagay?” E li te reponn: “Ou konn pale Grèk?
ACT 21:38 Alò se pa ou menm Ejipsyen an ki kèk tan pase te soulve yon revòlt, e te mennen kat mil òm asasen pou rive nan dezè a?”
ACT 21:39 Men Paul te di: “Mwen se yon Jwif ki sòti Tarse nan Cilicie, yon sitwayen a yon vil ase enpòtan. Mwen mande w, kite m pale avèk pèp la.”
ACT 21:40 Lè l te bay permisyon, Paul, te vin kanpe sou eskalye a. Li te fè sinyal a foul la avèk men l. Lè te vin gen yon gwo silans, li te pale avèk yo nan lang Ebre, e te di,
ACT 22:1 “Frè yo ak papa yo, tande defans mwen ke m ap ofri nou koulye a.”
ACT 22:2 Epi lè yo te tande ke li t ap pale avèk yo an Ebre, yo te vin kalme plis; e li te di:
ACT 22:3 “Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a.
ACT 22:4 Mwen te pèsekite Chemen sila a jiska lanmò. Mwen te mare e te mete nan chenn ni fanm, ni gason pou mete nan prizon,
ACT 22:5 kòm osi wo prèt la ak tout konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini.
ACT 22:6 “Men li te rive ke lè m te nan wout, e t ap pwoche Damas nan anviwon midi, sibitman yon limyè briyan te klere sòti nan syèl la, tou antoure mwen.
ACT 22:7 Mwen te tonbe atè e te tande yon vwa ki te di m: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?’
ACT 22:8 “Epi mwen te reponn: “Kilès ou ye, Senyè?” “E Li te di mwen: ‘Mwen se Jésus de Nazareth, ke w ap pèsekite a.’
ACT 22:9 “Sila ki te avè m yo te wè limyè a, men pa t konprann vwa a Sila a ki t ap pale avèk mwen an.
ACT 22:10 “Epi mwen te di: “Kisa pou m ta fè, Senyè?” “Senyè a te reponn mwen: ‘Leve, ale antre Damas. La ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’
ACT 22:11 “Men akoz ke m pa t kab wè akoz briyans a limyè a, mwen te mennen pa lamen pa sila ki te avè m yo pou te vini Damas.
ACT 22:12 “Yon sèten Ananias, yon mesye fidèl pa règ Lalwa a, e byen pale pa tout Jwif ki te rete la yo
ACT 22:13 te vin kote mwen, te kanpe toupre m, e te di mwen: ‘Frè Saul, resevwa vizyon ou! Epi nan menm moman an, mwen te gade anlè e te wè li.
ACT 22:14 “Li te di: ‘Bondye a zansèt nou yo te nome ou pou konnen volonte l, pou wè Sila Ki Jis la, e pou tande yon pawòl ki sòti nan bouch Li.
ACT 22:15 Paske ou va yon temwen pou Li a tout moun de sila ou wè ak tande yo.
ACT 22:16 Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li.
ACT 22:17 “Konsa li te rive ke lè m te retounen Jérusalem e t ap priye nan tanp lan, ke m te tonbe nan yon pwofon somèy.
ACT 22:18 Epi mwen te wè Li t ap di mwen: ‘Fè vit! Sòti Jérusalem vit, paske yo p ap aksepte temwayaj ou de Mwen menm.’
ACT 22:19 Epi mwen te di: ‘Senyè, yo menm yo konprann ke nan yon sinagòg apre lòt, mwen te konn mete yo nan prizon, e te konn bat sila ki te kwè nan Ou yo.
ACT 22:20 Menm lè san a temwen ou, Étienne t ap vèse, mwen osi te kanpe byen dakò e t ap veye vètman a sila ki t ap touye l yo.’
ACT 22:21 “Men Li te di mwen: ‘Ale, pwiske Mwen va voye ou byen lwen kote pèp etranje yo.’”
ACT 22:22 Jiska pwen sa a, yo te koute l, e alò yo te leve vwa yo e te di: “Retire sou latè a yon nonm konsa; li pa merite viv!”
ACT 22:23 Pandan yo t ap rele konsa, yo t ap retire gwo vètman yo pou voye pousyè anlè,
ACT 22:24 kòmandan an te bay lòd pou yo mennen l anndan kazèn nan, e t ap di ke li ta dwe egzamine plis avèk kout fwèt pou l ta kapab detèmine rezon an yo t ap rele kont li konsa.
ACT 22:25 Men lè yo te tire kò l avèk kòd fèt an kwi, Paul te di a santenye a ki te kanpe akote a: “Éske li pèmi pou ou fwete yon sitwayen Women ki pa menm kondane?”
ACT 22:26 Lè santenye a te tande sa, li te ale kote kòmandan an, e te di l: “Kisa w ap fè? Paske nonm sa a se yon Women.
ACT 22:27 Kòmandan an te parèt e te mande l: “Di mwen, “Èske se yon Women ou ye?” E li te di: “Wi.”
ACT 22:28 Kòmandan an te reponn: “Mwen te twouve tit sitwayen sa a ak yon gwo sòm lajan.” Paul te di: “Men mwen te ne sitwayen.”
ACT 22:29 Konsa, sila ki t ap kesyone li yo, te lage L imedyatman; epi kòmandan an osi te pè lè li te vin konprann ke se te yon sitwayen Women ke li te ye, paske li te mete li nan chèn.
ACT 22:30 Men nan pwochen jou a, akoz ke li te anvi konnen poukisa Jwif yo te akize l la, li te demare li, e li te bay lòd pou wo prèt yo avèk konsèy la reyini. Konsa yo te mennen Paul devan yo, e te fè l chita devan yo.
ACT 23:1 Paul te gade konsèy la avèk atansyon, e te di: “Frè yo mwen viv lavi m avèk yon trè bon konsyans devan Bondye jiska jodi a.”
ACT 23:2 Wo prèt la, Ananias te kòmande sila ki te kanpe akote l yo pou frape l sou bouch li.
ACT 23:3 Konsa, Paul te di li: “Bondye pral frape ou, ou menm miray ki blanchi avèk lacho! Èske ou chita pou jije m selon Lalwa a, e nan vyolasyon Lalwa a, ou pase lòd pou yo frape m?”
ACT 23:4 Men sila ki te akote yo te di: “Èske se ensilte w ap ensilte wo prèt Bondye a?”
ACT 23:5 Paul te reponn: “Mwen pa t okouran, frè m yo, ke li te wo prèt la. Paske sa ekri: ‘Nou pa pou pale mal a yon chèf a pèp nou an’”.
ACT 23:6 Men byen konprann ke yon pati se te Sadiseyen yo, e lòt la, Farizyen yo, Paul te kòmanse kriye fò nan konsèy la: “Frè m yo, mwen menm se yon Fariziyen, yon fis a Farizyen. Mwen ap jije devan tribinal a pou esperans nan rezirèksyon a mò yo!”
ACT 23:7 Pandan li te di sa, te vin rive gen yon gran dezakò antre Farizyen yo ak Sadiseyen yo, epi asanble a te divize.
ACT 23:8 Paske Sadiseyen yo di ke nanpwen rezirèksyon, ni zanj, ni lespri, men Farizyen yo rekonèt yo tout.
ACT 23:9 Konsa, te vin rive gen yon gwo tapaj. Kèk nan skrib pati Farizyen yo te kanpe e te kòmanse diskite byen cho. Yo t ap di: “Nou pa twouve okenn fot avèk nonm sila a. Si se yon lespri oswa yon zanj te pale ak li, annou pa goumen kont Bondye!”
ACT 23:10 Pandan konfli a t ap devlope, kòmandan an te pè pou yo pa ta chire Paul an mòso. Konsa, li te kòmande sòlda yo pou desann, retire li pami yo ak lafòs, e mennen l nan kazèn nan.
ACT 23:11 Men nan nwit swivan an, Senyè a te kanpe akote l e te di: “Pran kouraj, paske menm jan ke ou temwaye seryezman e konplètman pou kòz mwen Jérusalem nan, menm jan an ou oblije temwaye nan Rome osi.”
ACT 23:12 Lè jounen an te rive Jwif yo te fòme yon konplo. Yo te vin mare ansanm anba yon sèman, pou yo pa ta ni manje, ni bwè jiskaske yo te touye Paul.
ACT 23:13 Te gen plis ke karant moun ki te fòme konplo sila a.
ACT 23:14 Yo te vini a chèf prèt ak ansyen yo, e te di: “Nou vin mare ansanm anba yon sèman serye e konplè pou pa goute anyen jiskaske nou touye Paul.
ACT 23:15 Alò, konsa, ou menm avèk konsèy la avèti kòmandan an pou l mennen l desann kote nou, kòmsi nou t ap pral detèmine ka li a pi pre. E pou pati pa nou, nou prè pou touye l avan li rive pre kote a.”
ACT 23:16 Men fis a sè Paul la te tande afè konplo sila a, e li te vin antre kazèn nan pou te enfòme Paul.
ACT 23:17 Konsa, Paul te rele youn nan santenye kote l yo e te di li: “Mennen jennonm sila a kote kòmandan an paske li gen yon rapò pou bay li.”
ACT 23:18 Alò li te pran li, e te mennen li bay kòmandan an e te di l: “Paul prizonye a te rele mwen vè jennonm sila a pou vin kote w akoz li gen yon bagay pou di w.”
ACT 23:19 Kòmandan an te pran l pa lamen, e te rale l akote pou mande l an prive: “Kisa ou gen kòm rapò pou ban mwen an?”
ACT 23:20 Li te di: “Jwif yo gen tan fin dakò pou mande ou mennen Paul devan konsèy la demen, kòmsi yo t ap pral mande plis enfòmasyon sou li menm.
ACT 23:21 Pa kwè yo, paske plis ke karant nan yo ap tann pou atake l. Yo gen tan mare yo menm anba yon sèman pou yo pa ni manje ni bwè jiskaske yo touye l; koulye a y ap tann ou vin bay pèmisyon.”
ACT 23:22 Kòmandan an te kite jennonm nan ale. Li te di l: “Pa di pèsòn ke ou pale bagay sa yo avè m.”
ACT 23:23 Konsa, li te rele de nan santenye yo. Li te di yo: “Ale fè de-san sòlda prè pou twazyèm lè nwit lan, pou pati pou Césarée, avèk swasann-dis chevalye, ak de-san sòlda ak lans.”
ACT 23:24 Yo te gen osi pou prepare cheval pou mete Paul, pou fè l rive sof kote Félix gouvènè a.
ACT 23:25 Epi li te ekri yon lèt nan fòm sila a:
ACT 23:26 Claude Lysias, a trè ekselan Gouvènè Félix; Salitasyon.
ACT 23:27 “Lè mesye sa a te arete pa Jwif yo, e te prèt pou l te touye pa yo, mwen te vini sou yo avèk sòlda yo pou sekouri l, akoz ke m te vin konprann ke li te yon sitwayen Women.
ACT 23:28 Epi akoz ke mwen te vle konprann chaj ke yo te pote kont li an, mwen te fè l rive devan Konsèy pa yo a.
ACT 23:29 Konsa, mwen te vin twouve ke li te akize sou kesyon konsènan pwòp lwa pa yo, men pa anba okenn akizasyon ki te merite lanmò oubyen prizon.
ACT 23:30 “Lè m te enfòme ke ta gen yon konplo kont li, mwen te voye li kote ou sibitman, e osi te enstwi akizatè li yo pou mennen chaj kont li yo devan ou.”
ACT 23:31 Konsa, sòlda yo selon lòd pa yo, te pran Paul pou mennen l nan nwit lan devan Antipatris.
ACT 23:32 Men nan pwochen jou a yo te kite chevalye yo ale avè l, e yo te retounen nan Kazèn nan.
ACT 23:33 Lè sa yo te rive Césarée e te livre lèt la bay Gouvènè a, yo te prezante Paul devan l.
ACT 23:34 Lè li te fin li l, li te mande nan ki pwovens li te sòti, e lè li te vin aprann ke se te Cilicie,
ACT 23:35 li te di: “Mwen va bay ou yon odyans apre akizatè ou yo vin rive tou.” Konsa, li te bay lòd pou yo ta kenbe l nan Pretwa Hérode la.
ACT 24:1 Apre senk jou wo prèt la Ananias te vin desann avèk kèk ansyen, avèk yon sèten avoka ki te rele Tertulle. Yo te pote chaj kont Paul yo bay gouvènè a.
ACT 24:2 Apre Paul te fin konvoke, Tertulle te kòmanse akize l e te di a gouvènè a: “Akoz ke atravè ou menm, nou te rive gen anpil lapè, epi akoz vizyon ou menm, refòm ap fèt pou nasyon sila a,
ACT 24:3 nou rekonèt sa, nan chak aspè, e toupatou trè ekselan Félix, avèk tout rekonesans.
ACT 24:4 Men pou m pa fatige ou plis, mwen mande w pou pèmèt nou nan bonte ou, pou tande nou an brèf.
ACT 24:5 “Paske nou twouve nonm sila a yon vre pès, e yon mesye ki soulve konfli pami tout Jwif yo nan tout mond lan, yon chèf de fil sèkt a Nazareyen yo.
ACT 24:6 Li te menm eseye souye tanp lan. Epi konsa, nou te arete li.
ACT 24:7 Men Lysias, kòmandan an te parèt, epi avèk anpil vyolans, te rache li nan men nou.
ACT 24:8 “Lè ou egzamine li pou kont ou konsènan tout bagay sila yo, ou kapab verifye bagay sou sila nou akize li yo.”
ACT 24:9 Jwif yo tou te vin jwenn nan atak la, e yo t ap sètifye ke tout bagay sila yo se te vre.
ACT 24:10 Lè gouvènè a te fè l sinyal pou l pale, Paul te reponn: “Byen konesan, ke depi anpil ane, ou se yon jij nan nasyon sila, se avèk jwa ke m ap fè defans mwen.
ACT 24:11 Akoz ke ou kapab note ke pa plis ke nan douz jou pase mwen te monte Jérusalem pou m adore.
ACT 24:12 Ni nan tanp lan, ni nan sinagòg yo, ni nan vil la li menm, yo pa t janm twouve mwen nan diskisyon avèk okenn moun, ni koze okenn boulvèsman.
ACT 24:13 Ni yo pa kapab pwouve ou de chaj sou sila yo akize mwen koulye a.
ACT 24:14 “Men sa mwen admèt a nou, ke selon Chemen an, ke yo rele yon sèkt, se vre ke m sèvi Bondye a zansèt nou yo, e kwè tout bagay ki an akò avèk Lalwa a ak sa ki ekri nan pwofèt yo.
ACT 24:15 Mwen posede yon esperans nan Bondye, ke moun sa yo osi konsidere presye, ke an verite, va gen yon rezirèksyon ni pou sila ki jis yo ak sila ki enjis yo.
ACT 24:16 Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.
ACT 24:17 “Alò, apre plizyè ane, mwen te vin pote yon don a nasyon mwen an e prezante ofrann mwen.
ACT 24:18 Nan sa a, yo te twouve mwen okipe nan tanp lan, deja pirifye, san okenn foul, ni konfli. Men te gen sèten Jwif ki sòti an Asie—
ACT 24:19 ki ta dwe prezan devan ou pou fè akizasyon, si yo ta gen anyen kont mwen.
ACT 24:20 Oubyen pito kite mesye sila yo, yo menm di ki move zak yo te twouve lè mwen te kanpe devan konsèy la,
ACT 24:21 ot ke sèl pawòl sa a ke m te rele lè m te kanpe pami yo a: ‘Pou rezirèksyon a mò yo y ap jije mwen jodi a.’”
ACT 24:22 Men Félix, ki te gen yon konesans pi egzakt de Chemen an, te repouse yo, e t ap di: “Lè Lysias kòmandan an vin desann, mwen va deside ka ou a”.
ACT 24:23 Answit Li te bay lòd a santenye a pou l retire l nan gadavi a, men avèk yon sèten libète, e pa anpeche okenn nan zanmi li yo sèvi li.
ACT 24:24 Men kèk jou pita, Félix te rive avèk Drusille, madanm li ki te yon Jwif, epi te voye rele Paul, pou koute li pale sou lafwa nan Jésus Kri a.
ACT 24:25 Men pandan li t ap diskite sou ladwati, tanperans, ak jijman ki gen pou vini an, Félix te vin pè. Li te di: “Pou moman sa a, ale. Lè m jwenn tan, m a konvoke ou.”
ACT 24:26 Nan menm tan an, tou, li t ap espere ke Paul ta bay li lajan pou lage l. Akoz sa, li te konn voye rele l souvan pou pale avè l.
ACT 24:27 Men apre dezan te pase, Félix te ranplase pa Porcius Festus, e pou te jwenn favè ak Jwif yo, li te kite Paul anprizone.
ACT 25:1 Konsa, Festus, apre twa jou nan pwovens lan, te kite Césarée pou monte Jérusalem.
ACT 25:2 Chèf prèt yo ak dirijan a pèp Jwif yo te pote chaj kont Paul. Konsa, yo t ap mande yo favè
ACT 25:3 ke li ta fè pa yo nan jijman a kont Paul, pou fè l vini Jérusalem. Men yo te gen lentansyon pou touye l nan wout.
ACT 25:4 Answit Festus te reponn ke Paul t ap kenbe nan gadavi Césarée, e ke li menm t ap sòti talè.
ACT 25:5 “Konsa”, li te di: “Kite prensipal moun pami nou yo ale avè m, e si gen yon bagay ki mal nan nonm sa a, kite yo pouswiv sa nan lajistis.”
ACT 25:6 Apre Festus te fin pase plis ke di jou pami yo, li te desann Césarée. Nan pwochen jou a li te pran chèz li devan tribinal la, e te kòmande yo fè Paul vini.
ACT 25:7 Apre Paul te rive, Jwif ki te desann sòti Jérusalem yo te kanpe antoure li. Yo t ap pote anpil chaj byen serye kont li ke yo pa t kab pwouve.
ACT 25:8 Paul te di nan pwòp defans li: “Mwen pa fè okenn ofans ni kont Lalwa Jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont César.”
ACT 25:9 Men Festus ki te vle plè Jwif yo, te reponn Paul. Li te di: “Èske ou dakò pou monte Jérusalem pou pase nan jijman devan mwen sou chaj sila yo?”
ACT 25:10 Men Paul te di: “Mwen kanpe devan tribinal César a, kote mwen dwe jije a. Mwen pa fè okenn mal a Jwif yo, jan ou menm osi byen konnen an.
ACT 25:11 Si konsa, mwen se yon malfektè, e mwen fè yon bagay ki merite lanmò, mwen pa refize mouri; men si okenn nan bagay sila ke yo akize m yo pa verite, pèsòn pa kapab livre mwen a yo. Mwen fè apèl mwen a César.”
ACT 25:12 Konsa Apre Festus te fè yon konferans avèk konseye li, li te reponn: “Se a César ke ou fè apèl; se a César ke ou va ale.”
ACT 25:13 Alò lè kèk jou te pase, Wa Agrippa avèk Bérnéice te rive Césarée pou prezante omaj yo a Festus.
ACT 25:14 Pandan yo t ap pase anpil jou la, Festus te mete ka a Paul la devan wa a, e t ap di: “Genyen yon sèten nonm ke Félix te kite kòm prizonye.
ACT 25:15 Epi lè m te Jérusalem, chèf prèt avèk ansyen Jwif yo te pote chaj kont li, pou mande yon santans kondanasyon kont li.
ACT 25:16 “Mwen te reponn yo ke se pa koutim a Women yo pou livre okenn moun avan sila ki akize a wè akizatè li yo fasafas e vin gen chans pou fè defans li kont chaj yo.
ACT 25:17 Donk, apre yo te fin ransanble la a, mwen pa t fè reta, men nan pwochen jou a, te pran chèz mwen sou tribinal la, e te kòmande mesye sila a vin devan mwen.
ACT 25:18 Lè akizatè yo te kanpe, yo te kòmanse pote chaj krim, men pa tankou mwen ta sipoze a.
ACT 25:19 Yo te senpleman gen kèk pwen malantandi sou relijyon pa yo, ak sou yon sèten mesye mouri, Jésus, ke Paul te pwoklame toujou vivan.
ACT 25:20 Kòmsi mwen pa t menm konprann jan pou m ta fè yon ankèt sou bagay sila yo, mwen te mande si li te dakò pou ale Jérusalem pou pase nan jijman sou zafè sila yo.
ACT 25:21 Men lè Paul te fè apèl pou desizyon Anperè a, mwen te kòmande li kenbe nan gadavi jiskaske m voye li kote César.”
ACT 25:22 Answit Agrippa te di a Festus: “Mwen ta renmen osi tande mesye sa mwen menm”. Li te reponn: “Demen ou va tande l”.
ACT 25:23 Konsa, nan pwochen jou a, lè Agrippa te parèt ansanm avèk Bérnéice, pami gwo zafè, li te antre nan sal odyans lan, akonpanye ak kòmandan yo ak lòm pi enpòtan nan vil yo, epi sou kòmand Festus, Paul te mennen antre.
ACT 25:24 Festus te di: “Wa Agrippa, e tout moun ki prezan avèk nou la a, ou wè nonm sila a, sou kilès tout pèp Jwif la te fè vin kote mwen, ni nan Jérusalem, ni isit la, pou te deklare byen fò ke li pa t dwe viv ankò a.
ACT 25:25 Men mwen te twouve ke li pa t fè okenn bagay ki te merite lanmò; epi akoz ke li menm te fè apèl a Anperè a, mwen te deside voye l.
ACT 25:26 “Deja mwen pa gen anyen definitif pou ekri a mèt mwen. Donk mwen mennen li devan nou tout, e espesyalman devan ou, Wa Agrippa, pou lè ankèt la fèt, pou mwen kapab gen yon bagay pou m ekri.
ACT 25:27 Paske li sanble dwòl pou mwen voye yon prizonye, epi pou m pa endike osi chaj kont li.”
ACT 26:1 Agrippa te di a Paul: “Ou gen dwa pale pou tèt ou.” Epi Paul te lonje men li pou te kòmanse fè defans li.
ACT 26:2 “Konsènan tout bagay ke mwen akize pa Jwif yo, mwen konsidere ke mwen gen gwo chans, Wa Agrippa, pou m kapab fè defans mwen devan ou jodi a;
ACT 26:3 Sitou paske ou se yon ekspè nan tout koutim ak kesyon pami pèp Jwif yo. Pou sa, mwen mande w pou koute mwen avèk pasyans.
ACT 26:4 “Alò konsa, tout Jwif yo konnen kalite vi mwen depi nan jenès mwen, ki soti nan kòmansman an ki te pase pami pwòp nasyon mwen, ak nan Jérusalem.
ACT 26:5 Paske yo konnen mwen depi lontan, si yo dakò temwaye. Mwen te viv kon yon Farizyen, selon sèkt ki pi disipline nan tout relijyon nou an.
ACT 26:6 “Konsa, koulye a, mwen kanpe devan tribinal la pou lespwa pwomès ki te fèt pa Bondye a zansèt nou yo.
ACT 26:7 Pwomès pou sila douz tribi yo gen esperans wè reyalize, pandan yo rete fidèl nan sèvi Bondye lajounen ak lannwit. Se pou esperans sa a, o Wa, mwen akize pa Jwif yo.
ACT 26:8 Poukisa pami nou, nou twouve li enkwayab ke Bondye kapab leve mò yo?
ACT 26:9 “Alò mwen te reflechi a mwen menm, ke mwen te oblije aji avèk anpil fòs kont non a Jésus de Nazareth la.
ACT 26:10 Epi sa, mwen te fè menm Jérusalem; non sèlman ke m te fèmen anpil nan sen sila yo nan prizon, men avèk otorite ke m te resevwa soti nan chèf prèt yo, lè yo te mete yo a lanmò mwen te dakò pou yo aji kont yo.
ACT 26:11 Epi pandan mwen te pini yo souvan nan tout sinagòg yo, mwen te eseye fòse yo fè blasfèm. Tèlman mwen te anraje avèk yo, mwen te kouri dèyè yo menm nan vil etranje yo.
ACT 26:12 “Pandan mwen te angaje konsa, mwen te fè yon vwayaj nan Damas avèk otorite ak pèmisyon a chèf prèt yo.
ACT 26:13 Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo.
ACT 26:14 Epi lè nou tout te tonbe atè, mwen te tande yon vwa ki t ap di m nan lang Ebre a: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite Mwen? Se difisil pou ou pou voye pye ou kont pikan yo.’
ACT 26:15 “Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’ “E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.
ACT 26:16 Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm;
ACT 26:17 k ap delivre ou de pèp Jwif la, ak pèp etranje yo, pami sila m ap voye ou yo,
ACT 26:18 pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’
ACT 26:19 “Konsa, Wa Agrippa, mwen pa t dezobeyisan a vizyon selès la,
ACT 26:20 men mwen te kontinye deklare premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan.
ACT 26:21 “Pou rezon sa a, kèk Jwif te sezi mwen nan tanp lan e te eseye mete m a lanmò.
ACT 26:22 Alò, avèk èd Bondye ke m te twouve, mwen kanpe jiska jou sa a pou temwaye a piti kòm gran, pou pa pale anyen men sa ke pwofèt yo ak Moïse te di ki t ap pral rive yo.
ACT 26:23 Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”
ACT 26:24 Pandan Paul t ap di sa nan defans li, Festus te di ak yon gwo vwa: “Paul, tèt ou fin pati! Gran konesans ou fè ou vin fou.”
ACT 26:25 Men Paul te reponn li: “Mwen pa pèdi tèt mwen trè ekselan Festus, men mwen pale pawòl ak verite byen rezone.
ACT 26:26 Paske Wa a okouran de tout bagay sila yo, e mwen pale ak li osi avèk konfyans, akoz ke m konvenk ke anyen nan bagay sila yo pa kapab chape anba atansyon li, akoz ke nanpwen anyen ki fèt nan yon kwen.
ACT 26:27 Wa Agrippa, èske ou kwè nan pwofèt yo? Mwen konnen ke ou kwè.”
ACT 26:28 Agrippa te reponn a Paul: “Ak yon ti bourade konsa, ou vlè pèswade m pou devni yon Kretyen?”
ACT 26:29 Paul te reponn: “Mwen ta vle devan Bondye, ke menm si se ak piti, oswa ak gran, ke non sèlman ou menm, men tout sila ki koute mwen nan jou sa a, ta kapab vini menm jan ke mwen ye a, sof pou chèn sila yo.”
ACT 26:30 Wa a te leve avèk gouvènè a, ak Bérnéice, ak sila ki te chita avèk yo.
ACT 26:31 Epi lè yo te ale akote, yo te kòmanse pale youn ak lòt. Yo t ap di: “Mesye sila a p ap fè anyen ki merite lanmò oubyen prizon.”
ACT 26:32 Epi Agrippa te di a Festus: “Mesye sa a ta gen dwa libere si li pa t fè apèl a César.”
ACT 27:1 Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius.
ACT 27:2 Nou te anbake nan yon bato Adramityen ki te prèt pou pran vwal pou rejyon akote kot Asie. Nou te monte nan lanmè a, akonpanye pa Aristarque, yon Masedonyen ki soti Théssalonique.
ACT 27:3 Pwochen jou a nou te antre kote Sidon. Julius te byen trete Paul e te pèmèt li ale bò kote zanmi li yo, kote li te resevwa swen.
ACT 27:4 Soti la nou te monte sou lanmè a pou te pran vwal anba pwoteksyon Chypre akoz van an ki te kontrè.
ACT 27:5 Lè nou te fin travèse lanmè a toupre kot Cilicie ak Pamphylie, nou te rive nan Myra, nan Lycie.
ACT 27:6 La santenye a te twouve yon bato Alexandryen ki t ap pran vwal pou Italie, e li te fè nou anbake.
ACT 27:7 Nou te navige byen lantman pandan anpil jou, epi avèk difikilte te rive akote Nid, akoz ke van pa t pèmèt nou ale pi lwen. Akoz sa nou te pran vwal anba pwoteksyon Crète la, toupre Salmone.
ACT 27:8 Konsa, avèk difikilte, nou te vwayaje pou rive a yon sèten kote ke yo te rele Beau-Ports, toupre lavil Lasea a.
ACT 27:9 Lè anpil tan te fin pase, vwayaj la te vin andanje akoz ke tan Fèt Jèn nan te fin pase, e Paul te kòmanse avèti yo.
ACT 27:10 Li te di yo, “Mesye yo, mwen prevwa ke vwayaj la va an verite gen donmaj ak gwo pèt, non sèlman pou bagay nou pote ak bato a, men anplis pou lavi nou.”
ACT 27:11 Men santenye a te plis enfliyanse pa pilòt la ak kaptenn bato a, ke pawòl a Paul yo.
ACT 27:12 Akoz pò a pa t bon pou pase sezon livè a, majorite a te rive a yon desizyon pou retounen sou lanmè a pou wè si yo ta kab rive Phoenix, yon pò nan Crète, anfas sidwès ak nòdwès pou pase sezon livè a la.
ACT 27:13 Lè yon van sid byen modere te vin parèt, avèk kalkil la ke yo vin reyisi plan an, yo leve lank bato a, e yo te kòmanse pran vwal pou swiv Crète, toupre kot la.
ACT 27:14 Men avan anpil tan, yon van vyolan, ke yo te rele Euraquilon te desann soti atè e te vin vole sou yo.
ACT 27:15 Konsa, lè bato a te pran nan li, li pa t kab fè fas a van an, e nou te kite l pran nou pou lèse nou pouse pa van an.
ACT 27:16 Pandan nou t ap kouri anba pwoteksyon a yon ti lil ke yo rele Clauda, nou te prèske pa t kab mete bato a anba kontwòl.
ACT 27:17 Lè yo te fin leve l, yo te sèvi ak kab pou ranfòse bato a. Akoz pè ke yo ta vin echwe nan bafon Syrte la, yo te desann gwo vwal la, epi konsa kite van an pouse yo avanse.
ACT 27:18 Nan demen, pandan nou t ap jete toupatou avèk vyolans akoz van an, yo te kòmanse vide chaj yo pote nan lanmè.
ACT 27:19 Nan twazyèm jou a, yo te jete tout aparèy pou manevre bato a nan lanmè avèk pwòp men yo.
ACT 27:20 Akoz ni solèy, ni etwal pa t parèt pandan anpil jou, e se pa yon ti kras tanpèt ki t ap atake nou an, depi la, tout espwa pou nou ta sove te disparèt.
ACT 27:21 Lè yo te fin fè anpil tan san manje, Paul te kanpe nan mitan yo e te di yo: “Mesye yo, nou te dwe swiv konsèy mwen an pou nou pa pran lanmè a soti Crète pou envite fè rive donmaj ak pèt sila yo.
ACT 27:22 Men koulye a mwen ankouraje nou pou pran kouraj, paske p ap gen pèt lavi pami nou, men sèlman chaj bato a.
ACT 27:23 Paske nan menm nwit sa a, yon zanj a Bondye a Sila ke m apatyen a, e Sila ke m sèvi a, te kanpe devan mwen.
ACT 27:24 Konsa li te di: ‘Pa pè anyen Paul. Ou dwe kanpe devan César. Gade byen, Bondye gen tan ba ou tout sila ki ap vwayaje avèk ou yo.’
ACT 27:25 Akoz sa, mesye yo pran kouraj. Paske mwen gen konfyans nan Bondye ke sa va fini menm jan ke Li te di mwen an.
ACT 27:26 Men fòk nou echwe sou yon sèten lil.”
ACT 27:27 Men lè katòzyèm nwit lan te vin rive, pandan van an t ap pouse vire nou nan Lanmè Adriatique la, anviwon minwi, yo te kòmanse vin konprann ke yo t ap pwoche vè yon tè.
ACT 27:28 Lè Yo te sonde, yo te twouve ke se te a ven bwas pwofondè; epi yon ti kras pi lwen, yo te sonde ankò, e te twouve li a kenz bwas.
ACT 27:29 Nan pè pou nou ta kouri atè yon kote sou wòch, yo voye kat lank pa dèyè bato yo e te espere pou jounen an vin rive.
ACT 27:30 Men pandan mesye lanmè yo t ap eseye chape kite bato a, yo te deja lonje desann ti kannòt bato a nan lanmè a, sou pretèks ke yo t ap lonje lank pa devan yo,
ACT 27:31 Paul te di santenye a ak sòlda yo: “Si moun sa yo pa rete nan bato a, nou menm nou p ap kab sove.”
ACT 27:32 Alò, sòlda yo te koupe kòd a kannòt bato a, e te kite l tonbe lib.
ACT 27:33 Jiskaske joune a te prèt pou pwente, Paul t ap ankouraje yo tout pou pran kèk bagay pou manje, e t ap di: “Jodi a fè katòzyèm jou ke nou ap veye san rete, ale san manje, e pa pran anyen.
ACT 27:34 Konsa, mwen ankouraje nou pou pran kèk manje, paske sa se pou prezève nou; paske pa menm yon cheve nan tèt a okenn nan nou p ap peri.”
ACT 27:35 Lè l fin di sa, li te pran pen e te remèsye Bondye nan prezans a tout moun. Li te kase li e te kòmanse manje.
ACT 27:36 Yo tout te ankouraje e yo menm yo tout te pran manje.
ACT 27:37 Nou tout nan bato a se te de-san-swasann-sèz moun.
ACT 27:38 Lè yo te manje kont yo, yo te kòmanse fè bato a pi lejè pa voye ble nan lanmè a.
ACT 27:39 Lè jounen an te vin rive yo pa t rekonèt tè a, men yo te wè yon pò avèk yon plaj, e yo te pran kouraj pou dirije bato a vè li si l te posib.
ACT 27:40 Konsa, yo te jete lank yo, e te kite yo nan lanmè a, pandan nan menm moman an yo t ap lage kòd gouvènay yo, yo te monte vwal devan an pou van an pran l; konsa yo te tire vè plaj la.
ACT 27:41 Men yo te vin frape a yon resif kote de lanmè te rankontre, yo te kouri echwe batimán an; pwent avan bato a te kole rèd, e pa t kapab deplase, men dèyè a te kòmanse kraze an mòso akoz gwo vag lanmè a.
ACT 27:42 Sòlda yo te fè plan pou touye tout prizonye yo, pou okenn nan yo pa ta chape naje nan lanmè a.
ACT 27:43 Men santenye a ki te vle fè Paul rive sof, te anpeche entansyon yo a, e te kòmande ke sila ki te kapab naje, vòltije nan lanmè a avan pou naje rive atè,
ACT 27:44 epi rès la ta swiv yo, kèk sou mòso bwa, e lòt yo sou plizyè lòt bagay pou kite bato a. Konsa li te rive, ke yo tout te vin rive sof atè.
ACT 28:1 Lè yo tout te fin rive sof nou te vin twouve ke lil la te rele Malte.
ACT 28:2 Natif peyi yo te byen resevwa nou ak yon dousè ekstrawòdinè. Akoz lapli a ki te vin fèmen sou nou, avèk anpil fredi, yo te limen yon dife e te resevwa nou tout.
ACT 28:3 Men lè Paul te ranmase yon pakèt bwa e te mete yo sou dife a, yon vipè te sòti akoz chalè a e te tache nan men l.
ACT 28:4 Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.”
ACT 28:5 Konsa, li te souke retire bèt la jete nan dife a, men l pa t gen anyen.
ACT 28:6 Men yo t ap atann ke li vin anfle e sibitman tonbe mouri. Men apre yo te tann pandan anpil tan e pa t wè anyen rive li, yo te reflechi yon lòt jan e te kòmanse di ke li te yon dye.
ACT 28:7 Alò, toupre kote sila a, te gen tè ki te pou mesye pi enpòtan nan lil la, ke yo te rele Publius, ki te bannou byenveni. Li te byen emab e li te bay nou lojman pandan twa jou.
ACT 28:8 Li te vin rive ke papa a Publius te kouche byen malad avèk lafyèv ak dyare. Paul te ale wè li e lè li te fin priye pou li, li te poze men l sou li e te geri li.
ACT 28:9 Aprè sa te fin fèt, tout lòt moun sou lil la ki te gen maladi t ap vin kote li e t ap geri.
ACT 28:10 Anplis, yo te onore nou avèk anpil mak respè, e lè nou t ap pran vwal, yo te founi nou tout sa nou te bezwen.
ACT 28:11 Nan fen twa mwa yo nou te pran vwal sou yon bato Alexandryen ki osi te pase sezon livè a nan lil la. Li te gen Frè Jimo yo kon òneman devan an kòm tèt bato a.
ACT 28:12 Apre nou te antre o pò nan Syracuse, nou te rete la pandan twa jou.
ACT 28:13 Soti la, nou te pran vwal pou antoure rive nan Reggio. Yon jou pita, yon van sid te parèt, e nan dezyèm jou a nou te rive Pouzzles.
ACT 28:14 La nou te twouve kèk frè ki te envite nou rete avèk yo pandan sèt jou, e konsa nou te rive Rome.
ACT 28:15 Epi frè fidèl yo, lè yo te tande de nou, te vini la soti nan distans pou rive nan Mache Appuis la avèk Twa Tavernes pou rankontre nou. Lè Paul te wè yo, li te remèsye Bondye e te pran kouraj.
ACT 28:16 Lè nou te antre Rome, Paul te jwenn pèmisyon pou rete pou kont li, avèk sòlda ki t ap veye l la.
ACT 28:17 Apre twa jou Paul te rele ansanm moun ki te pi enpòtan pami mesye Jwif yo. Lè yo te vin ansanm, li te kòmanse ap di yo: “Frè yo malgre mwen pa t fè anyen kont pèp nou an, oubyen koutim zansèt nou yo, konsa, mwen te livre kòm prizonye soti Jérusalem nan men Women yo.
ACT 28:18 Epi lè yo menm te egzamine mwen, yo te dakò pou lage m paske yo pa t twouve baz pou mete m a lanmò.
ACT 28:19 Men lè Jwif yo te vin pa dakò, mwen te oblije fè apèl a César, pa akoz ke m te gen okenn akizasyon kont nasyon mwen an.
ACT 28:20 Pou rezon sa a, donk mwen te mande wè nou pou pale avèk nou, paske mwen ap pote chenn sa a pou lespwa Israël la.”
ACT 28:21 Yo te di li: “Nou pa t ni resevwa lèt sòti Judée konsènan ou, ni pa t gen okenn nan frè yo ki te vin isit la pou rapòte oswa pale anyen mal de ou menm.
ACT 28:22 Men nou dezire tande de ou menm sa ke ou panse. Paske konsènan sèkt sa a, se byen koni pami nou menm ke yo pale kont li toupatou.”
ACT 28:23 Lè yo te fikse yon jou pou Paul, yo te vini kote lojman li an an gran nonb. Li t ap eksplike yo nan temwayaj klè e konplè de wayòm Bondye a ak nan eseye fè yo kwè konsènan Jésus, soti nan Lalwa Moïse la ak nan pwofèt yo depi granmmaten jis rive nan aswè.
ACT 28:24 Kèk te vin kwè akoz bagay ki te pale yo, men lòt yo te refize kwè.
ACT 28:25 Lè yo pa t dakò youn avèk lòt, yo te kòmanse pati lè Paul te fin pale dènye pawòl sila a: “Lespri Sen an te gen rezon lè l te pale atravè Ésaïe, pwofèt a zansèt nou yo,
ACT 28:26 Lè l te di: ‘Ale nan pèp sa epi di: “Nou va toujou tande, men nou p ap konprann. Nou va toujou gade, men nou p ap wè anyen.
ACT 28:27 Paske kè a moun sa yo vin di. Zòrèy pa yo, yo manke tande. E yo fèmen zye yo; otreman pou yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo, konprann avèk kè yo, e retounen, pou Mwen ta geri yo.’
ACT 28:28 “Konsa, Kite l byen konnen a nou menm, ke delivrans sila gen tan voye osi a pèp etranje yo. Yo menm va koute.”
ACT 28:29 Lè li te fin pale pawòl sa yo, Jwif yo te pati, e yo t ap diskite pami yo menm.
ACT 28:30 Konsa, Paul te rete la pandan dezan nan pwòp chanm li ke li te lwe a. Li te trè kontan resevwa tout sila ki te vin wè li yo.
ACT 28:31 Li t ap preche wayòm Bondye a, e t ap enstwi konsènan Senyè a Jésus Kri, avèk tout libète, san anpèchman.
ROM 1:1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot mete apa pou bòn nouvèl Bondye a,
ROM 1:2 ke Li te pwomèt oparavan atravè pwofèt Li yo nan Ekriti Sen Yo,
ROM 1:3 konsènan Fis Li a ki te ne de yon desandan David selon lachè,
ROM 1:4 ki te deklare Fis Bondye a avèk pouvwa akoz rezirèksyon Li, ki te fè L sòti nan lanmò, atravè Lespri sentete a, Jésus Kri, Senyè nou an.
ROM 1:5 Pa Li menm nou te resevwa gras e te rele kòm apot pou fè parèt obeyisans lafwa a pami tout etranje yo pou koz Sen Non Li.
ROM 1:6 Pami sila yo nou menm osi te rele pa Jésus Kri.
ROM 1:7 A tout sila yo ke Bondye renmen anpil nan Rome, ke Li te rele kòm sen yo: gras anvè nou avèk lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a Jésus Kri.
ROM 1:8 Premyèman mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond.
ROM 1:9 Paske Bondye ke mwen sèvi nan lespri mwen lè m preche levanjil Fis Li a, se temwen m ke m ap nonmen non nou san rete nan lapriyè mwen yo.
ROM 1:10 Toujou nan priyè mwen yo, m ap mande Bondye nan volonte L, dènyèman, pou L kite m vin wè nou.
ROM 1:11 Paske mwen anvi wè nou pou m kapab bannou kèk don Lespri a, pou nou kapab byen etabli.
ROM 1:12 Sa vle di, pou mwen menm kapab ankouraje ansanm avèk nou pandan mwen pami nou, nou chak pa lafwa a lòt, lafwa pa nou ak lafwa pa m tou.
ROM 1:13 Mwen pa vle nou pa okouran, frè m yo, ke souvan mwen konn fè plan pou vin wè nou (malgre sa pa t reyalize). Mwen ta renmen sa fèt pou m kapab rekòlte kèk fwi pami nou tou, menm jan ak tout lòt nasyon etranje yo.
ROM 1:14 Mwen gen obligasyon ni pou Grèk ni pou moun ki baba; ni pou sila ki saj ni pou sila ki ensanse yo.
ROM 1:15 Donk, Pou pati pa m, mwen gen gwo anvi pou preche levanjil la a nou menm osi ki nan Rome.
ROM 1:16 Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou.
ROM 1:17 Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.
ROM 1:18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis.
ROM 1:19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè.
ROM 1:20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz.
ROM 1:21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
ROM 1:22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou,
ROM 1:23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo.
ROM 1:24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm.
ROM 1:25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
ROM 1:26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a.
ROM 1:27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a.
ROM 1:28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo.
ROM 1:29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay.
ROM 1:30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo,
ROM 1:31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd.
ROM 1:32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.
ROM 2:1 Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo.
ROM 2:2 Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo.
ROM 2:3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a?
ROM 2:4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans?
ROM 2:5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.
ROM 2:6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li.
ROM 2:7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl;
ROM 2:8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye.
ROM 2:9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
ROM 2:10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
ROM 2:11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.
ROM 2:12 Paske tout moun ki fè peche san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a.
ROM 2:13 Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye.
ROM 2:14 Paske lè pèp etranje yo ki pa gen Lalwa a, fè pa ensten sa ke Lalwa a mande, sila yo, san menm gen lalwa a, vini yon lwa pou kont yo.
ROM 2:15 Konsa yo demontre ke zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo.
ROM 2:16 Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.
ROM 2:17 Men si nou pote tit “Jwif”, depann de Lalwa, e vante tèt nou nan Bondye,
ROM 2:18 konnen volonte Li, e vin dakò avèk tout bagay ki nesesè, paske se nou menm ki enstwi selon Lalwa a,
ROM 2:19 si nou rete byen si ke nou menm se gid avèg yo, yon limyè pou sila ki nan tenèb yo,
ROM 2:20 yon korektè pou ensanse yo, yon pwofesè pou sila ki poko gen matirite yo, akoz ke nou gen Lalwa a kòm vrè baz konesans ak verite a;
ROM 2:21 konsa, nou menm ki enstwi lòt yo, èske nou pa enstwi pwòp tèt nou? Nou menm ki preche ke yon moun pa dwe vòlè, èske nou vòlè?
ROM 2:22 Nou menm ki di ke yon moun pa dwe fè adiltè, èske nou fè adiltè? Nou menm ki rayi zidòl yo, èske nou konn vòlè tanp yo?
ROM 2:23 Nou menm ki vante tèt nou nan Lalwa a, malgre nou vyole Lalwa a, èske nou dezonore Bondye?
ROM 2:24 Paske jan sa ekri a: “Non Bondye a blasfeme pa etranje yo akoz de nou”.
ROM 2:25 Paske anverite, sikonsizyon gen valè si nou ap pratike Lalwa a, men si nou se yon transgresè Lalwa a, sikonsizyon sa a gen tan vini ensikonsizyon.
ROM 2:26 Donk, si yon nonm ki pa fizikman sikonsi swiv tout règleman Lalwa yo, èske ensikonsizyon li an pa konsidere kòm sikonsizyon?
ROM 2:27 Epi li menm ki pa sikonsi fizikman, si li gade lalwa a, èske li p ap jije nou, ki malgre nou gen chak lèt lalwa a ak sikonsizyon, se vyolatè lalwa a?
ROM 2:28 Paske sa ki fè yon moun Jwif se pa sa ki parèt deyò a. Ni vre sikonizyon an se pa sa ki fèt nan chè eksteryè a.
ROM 2:29 Men yon vre Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye.
ROM 3:1 Konsa, ki avantaj Jwif la genyen? Oubyen ki benefis sikonsizyon genyen?
ROM 3:2 Anpil nan tout aspè. Premyèman Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo.
ROM 3:3 Answit kisa? Si kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa?
ROM 3:4 Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: “Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”
ROM 3:5 Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? (M ap pale tankou yon moun)?
ROM 3:6 Ke sa pa janm fèt! Otreman, kòman Bondye va jije lemond?
ROM 3:7 Men si akoz manti pa m verite Bondye a vin parèt jis pou glwa Li, poukisa yo toujou jije m kòm yon pechè?
ROM 3:8 Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): “Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis.
ROM 3:9 Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche.
ROM 3:10 Jan sa ekri a: “Pa gen moun ki jis, pa menm youn.
ROM 3:11 Pa gen moun ki gen konprann. Pa gen moun ki chache Bondye.
ROM 3:12 Tout detounen, ansanm yo tout vin initil. Pa gen moun ki fè sa ki bon; pa menm yon sèl.
ROM 3:13 Gòj pa yo se yon tonm tou louvri. Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon. Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.
ROM 3:14 Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;
ROM 3:15 pye yo kouri rapid pou fè san koule.
ROM 3:16 Destriksyon ak mizè toujou rete sou wout yo;
ROM 3:17 epi chemen k ap mennen lapè a, yo pa konnen l.
ROM 3:18 Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.”
ROM 3:19 Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.
ROM 3:20 Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.
ROM 3:21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo.
ROM 3:22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri.
ROM 3:23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a.
ROM 3:24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a,
ROM 3:25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo.
ROM 3:26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
ROM 3:27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a.
ROM 3:28 Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo.
ROM 3:29 Oubyen èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou.
ROM 3:30 Anfèt akoz Bondye ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.
ROM 3:31 Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou etabli Lalwa a.
ROM 4:1 Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou selon lachè te jwenn kon jijman?
ROM 4:2 Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men pa devan Bondye.
ROM 4:3 Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.”
ROM 4:4 Alò, nou konnen ke sila ki travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite.
ROM 4:5 Men pou sila ki pa travay la, men kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li.
ROM 4:6 Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo:
ROM 4:7 “Beni se tout moun ki gen tan padone pou tout inikite yo, e ke peche pa yo gen tan fin kouvri.
ROM 4:8 Beni se moun Senyè a pa rann kont pou peche l.”
ROM 4:9 Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: “Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.”
ROM 4:10 Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a!
ROM 4:11 Li te resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo.
ROM 4:12 Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.
ROM 4:13 Paske pwomès a Abraham ak desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a.
ROM 4:14 Paske si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile.
ROM 4:15 Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.
ROM 4:16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout.
ROM 4:17 Jan sa ekri a: “Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo.
ROM 4:18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: “Se konsa tout desandan ou yo va ye”.
ROM 4:19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.
ROM 4:20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj.
ROM 4:21 Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive.
ROM 4:22 Donk sa te konte osi pou li kòm ladwati.
ROM 4:23 Se pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li,
ROM 4:24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò.
ROM 4:25 Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.
ROM 5:1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri.
ROM 5:2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a.
ROM 5:3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans.
ROM 5:4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans.
ROM 5:5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
ROM 5:6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo.
ROM 5:7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri.
ROM 5:8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
ROM 5:9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm.
ROM 5:10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
ROM 5:11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.
ROM 5:12 Pou sa, se konsa pa yon sèl moun peche te antre nan lemonn, e lanmò pa peche a, konsa lanmò te rive a tout moun paske tout moun fè peche.
ROM 5:13 Paske jiska Lalwa a te rive, peche te deja nan lemonn, men peche pa t kapab resevwa jijman kote ki pa gen lalwa.
ROM 5:14 Malgre sa, lanmò te renye soti nan Adam jiska Moïse, menm sou sila ki pa t fè peche yo sanblab ak ofans Adam an, ki se te yon pòtre a Sila ki te gen pou vini an.
ROM 5:15 Men kado gratis la pa sanble avèk transgresyon an. Paske si akoz transgresyon a yon sèl moun, anpil moun te mouri, menm bokou plis ke sa, lagras Bondye, ak kado pa lagras a yon sèl òm, Jésus Kri, vin jistifye anpil moun.
ROM 5:16 Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon.
ROM 5:17 Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.
ROM 5:18 Konsa, kòm pa yon transgresyon, kondanasyon a tout moun te rive, menm jan an ak yon sèl aksyon ladwati te rive jistifikasyon anvè lavi pou tout moun.
ROM 5:19 Paske menm jan ke dezobeyisans a yon moun te fè tout moun vin pechè, menm jan an, obeyisans a yon moun va fè anpil moun vin jis.
ROM 5:20 Lalwa a te vini pou transgresyon an te kapab vin plis, men kote peche te vin plis lagras te abonde pi plis toujou.
ROM 5:21 Konsa, menm jan ke peche te renye nan lanmò, konsa tou lagras te renye pa ladwati, jiska lavi etènèl nan Jésus Kri Senyè nou an.
ROM 6:1 Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis?
ROM 6:2 Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li?
ROM 6:3 Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li?
ROM 6:4 Konsa, nou gen tan antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.
ROM 6:5 Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou.
ROM 6:6 Byen rekonesan ke ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò.
ROM 6:7 Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche.
ROM 6:8 Alò si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li.
ROM 6:9 Paske nou konnen ke Kris ki te leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò.
ROM 6:10 Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye.
ROM 6:11 Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.
ROM 6:12 Konsa, pa kite peche renye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo.
ROM 6:13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati.
ROM 6:14 Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.
ROM 6:15 Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt!
ROM 6:16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati?
ROM 6:17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a.
ROM 6:18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
ROM 6:19 M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon.
ROM 6:20 Paske lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati.
ROM 6:21 Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò.
ROM 6:22 Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl.
ROM 6:23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
ROM 7:1 Oubyen èske nou pa konnen, frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan?
ROM 7:2 Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a.
ROM 7:3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.
ROM 7:4 Donk Frè m yo, nou menm tou nan kò Kris la, nou te oblije mouri a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye.
ROM 7:5 Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te fè move pasyon yo leve nan nou, ki t ap travay nan manm kò nou yo, pou donnen fwi pou lanmò.
ROM 7:6 Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.
ROM 7:7 Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou “lanvi” si se pa Lalwa ki di m “Ou pa pou gen lanvi”.
ROM 7:8 Men peche, ki te pran opòtinite atravèLalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri.
ROM 7:9 Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri.
ROM 7:10 Konsa, kòmandman sa a ki te fèt pou bay lavi a, te bay lanmò kòm rezilta pou mwen.
ROM 7:11 Paske peche, ki te pran opòtinite pa kòmandman an, te twonpe mwen e akoz sa, te touye mwen.
ROM 7:12 Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.
ROM 7:13 Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te fè sa a, pou li ta fè m wè sa ke peche ye. Konsa li te fè m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a.
ROM 7:14 Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche.
ROM 7:15 Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi.
ROM 7:16 Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon.
ROM 7:17 Donk Koulye a se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an.
ROM 7:18 Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt.
ROM 7:19 Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a.
ROM 7:20 Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an.
ROM 7:21 Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an.
ROM 7:22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an,
ROM 7:23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo.
ROM 7:24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a?
ROM 7:25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.
ROM 8:1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a.
ROM 8:2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a.
ROM 8:3 Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè,
ROM 8:4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a.
ROM 8:5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou tout bagay Lespri yo.
ROM 8:6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè.
ROM 8:7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa.
ROM 8:8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.
ROM 8:9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L.
ROM 8:10 Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye.
ROM 8:11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.
ROM 8:12 Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè.
ROM 8:13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv.
ROM 8:14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye.
ROM 8:15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.
ROM 8:16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye.
ROM 8:17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.
ROM 8:18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan.
ROM 8:19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo.
ROM 8:20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan;
ROM 8:21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo.
ROM 8:22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit.
ROM 8:23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an.
ROM 8:24 Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja?
ROM 8:25 Men si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.
ROM 8:26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime.
ROM 8:27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.
ROM 8:28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
ROM 8:29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.
ROM 8:30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.
ROM 8:31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?
ROM 8:32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?
ROM 8:33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis.
ROM 8:34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.
ROM 8:35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe?
ROM 8:36 Jan sa ekri a: “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen. Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
ROM 8:37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an.
ROM 8:38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo
ROM 8:39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
ROM 9:1 M ap di nou verite nan Kris la, mwen p ap bay manti. Konsyans mwen temwaye pou mwen nan Lespri Sen an,
ROM 9:2 ke mwen gen yon gran tristès ak doulè san rete nan kè mwen.
ROM 9:3 Paske mwen te kab vle ke se mwen menm ki te kondane, separe de Kris pou lanmou frè m yo, fanmi mwen, selon lachè.
ROM 9:4 Yo se Izrayelit ki te resevwa adopsyon kòm fis yo, ak laglwa akò yo, don Lalwa a, sèvis nan tanp lan, ak tout pwomès yo;
ROM 9:5 ki gen patriyach yo, e ki se zansèt a Kris la selon lachè; Li menm ki sou tout bagay, Bondye beni pou tout tan an. Amen.
ROM 9:6 Men se pa kòmsi pawòl Bondye a fè fayit. Paske se pa yo tout ki Izrayelit ki sòti nan ras Israël,
ROM 9:7 ni se pa tout pitit ki sòti nan Abraham ki se pitit li. Men: “Selon Isaac desandan ou yo va nonmen”.
ROM 9:8 Sa vle di, se pa zanfan lachè yo ki se pitit Bondye, men zanfan a pwomès la ki konsidere kòm eritye yo.
ROM 9:9 Paske men pawòl a pwomès la: “Nan moman apwente a, m ap vini e Sarah va gen yon fis.”
ROM 9:10 Epi se pa sèlman sa, men te genRebecca osi, lè li te fè jimo yo pou yon sèl moun, Isaac, papa nou.
ROM 9:11 Paske malgre jimo yo potko fèt e potko fè anyen ni byen ni mal, pou volonte Bondye selon chwa li ta kanpe, pa akoz zèv yo, men akoz Li menm, Bondye, ki fè apèl la,
ROM 9:12 Li te di a Rebecca: “Pi gran an va sèvi pi piti a”.
ROM 9:13 Jan sa ekri a: “Jacob Mwen te renmen an, men Ésaü mwen te rayi a”.
ROM 9:14 Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt!
ROM 9:15 Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.”
ROM 9:16 Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Bondye ki vle bay mizerikòd la.
ROM 9:17 Paske Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.”
ROM 9:18 Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè kè di a sila Li pito a.
ROM 9:19 Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? Kilès ki kab reziste a volonte Li.”
ROM 9:20 Okontrè, kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa?
ROM 9:21 Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen?
ROM 9:22 Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè ki te prepare pou detwi yo.
ROM 9:23 Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li,
ROM 9:24 menm nou menm ke Li te rele osi yo, non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo.
ROM 9:25 Jan Li di osi nan Osée a: “Mwen va rele sila ki pa te pèp mwen yo, ‘pèp mwen’, e sila ki pa t byeneme Mwen yo, ‘byeneme’”
ROM 9:26 “Epi li va rive ke nan plas kote Li te di yo a: ‘Nou pa pèp mwen’, la menm, yo va rele yo fis a Bondye Vivan an.’”
ROM 9:27 Ésaïe te kriye fò pou Israël: “Malgre fis a Israël yo anpil tankou grenn sab lanmè, se yon ti retay ki va sove”.
ROM 9:28 “Paske Bondye va egzekite pawòl Li sou latè avèk vitès, san manke anyen.
ROM 9:29 Epi jan Ésaïe te prevwa a: “Amwenske Senyè dèzame yo pa t kite yon posterite pou nou, nou ta devni tankou Sodome; nou ta sanble Gomorrhe.”
ROM 9:30 Konsa, kisa nou kapab di? Ke pèp etranje yo, ki pa t chache ladwati Bondye a, te twouve ladwati, ladwati menm ki pa lafwa a.
ROM 9:31 Men Israël ki t ap chèche yon lwa ladwati, pa t rive nan lwa sa a.
ROM 9:32 Poukisa? Paske yo pa t chèche li pa lafwa, men konsi se te pa zèv. Yo te bite, sou wòch bite a.
ROM 9:33 Jis jan sa ekri a: “Gade, m ap mete yon wòch nan Sion k ap fè moun bite; yon wòch k ap yon ofans, e sila ki kwè nan Li Menm nan, p ap janm desi.”
ROM 10:1 Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove.
ROM 10:2 Paske mwen temwaye de yo ke yo gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo.
ROM 10:3 Paske san konesans de ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a.
ROM 10:4 Paske Kris fè lalwa a akonpli, pou ladwati de tout sila ki kwè yo.
ROM 10:5 Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a.
ROM 10:6 Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann)
ROM 10:7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).”
ROM 10:8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a,
ROM 10:9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove.
ROM 10:10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove.
ROM 10:11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
ROM 10:12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo.
ROM 10:13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”
ROM 10:14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè?
ROM 10:15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a: “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl a bon bagay yo bèl!”
ROM 10:16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?”
ROM 10:17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.
ROM 10:18 Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande: “Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.” Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.
ROM 10:19 Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di: “M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon; avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”
ROM 10:20 Ésaïe, ak kouraj te di: “Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo; Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”
ROM 10:21 Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”
ROM 11:1 Konsa, mwen mande: Èske Bondye rejte pèp Li a? Pa janm panse sa! Paske mwen se yon Izrayelit tou, yon desandan Abraham, ki sòti nan tribi Benjamin an.
ROM 11:2 Bondye pa janm rejte pèp Li a ke Li te konnen oparavan an. Èske ou pa konnen sa Ekriti a di nan pasaj sou Élie, jan li te plede avèk Bondye kont Israël?
ROM 11:3 “Senyè yo touye pwofèt ou yo; yo kraze lotèl ou yo. Se mwen sèl ki rete, e y ap chèche touye m tou.”
ROM 11:4 Men ki repons ojis Bondye te bay li?: “Mwen kenbe pou Mwen menm sèt-mil òm ki pa t mete ajenou devan Baal.”
ROM 11:5 Nou konprann menm jan ke nan tan prezan pa nou anplis, nou twouve yon retay nan pèp la pa gras ak chwa Bondye.
ROM 11:6 Men si se pa gras sa rive, li pa baze ankò sou zèv. Otreman li pa t ap gras ankò. Men si se pa zèv, li pa gras ankò. Otreman, zèv se pa zèv ankò.
ROM 11:7 Alò, Kisa? Sa ke Israël ap chèche a, sa a, li pa t twouve. Men sila yo ki te chwazi pa Bondye, te twouve l, e rès la te vin di nan kè.
ROM 11:8 Jis jan sa te ekri a: “Bondye te bay yo yon espri sòt, zye pou yo pa wè, ak zòrèy pou yo pa tande jiska menm jou sila a.”
ROM 11:9 Konsa, David di: “Kite tab yo devni yon pèlen ak yon pyèj; yon wòch bite ak yon chatiman pou yo.
ROM 11:10 Kite zye yo vin nwa pou yo pa wè ak do yo koube pou tout tan.”
ROM 11:11 Konsa, mwen mande: “Yo pa t glise tonbe nèt”? Se pa sa! Sa p ap janm rive konsa! Men pa transgresyon pa yo, sali a gen tan rive a pèp etranje yo pou fè yo jalou.
ROM 11:12 Alò, si transgresyon pa yo se richès pou mond lan, e echèk pa yo se richès pou pèp etranje yo, konbyen anplis pou lè yo menm reyisi?
ROM 11:13 Paske m ap pale avèk nou menm ki se pèp etranje yo. Otan ke mwen menm se yon apòt a pèp etranje yo, mwen leve sèvis ministè pa m byen wo.
ROM 11:14 Men pou si l ta ka vin fèt (ke pa yon mwayen oswa yon lòt), si mwen ta kapab eksite pwòp pèp mwen an a jalouzi, pou m ta kapab sove kèk, mwen ta fè l.
ROM 11:15 Paske si rejeksyon pa yo se rekonsilyasyon pou tout mond lan, kisa l ap ye menm lè yo vin aksepte, sof ke lavi k ap sòti nan lanmò.
ROM 11:16 Si premye mòso ki sòti nan pat pen an sen, tout rès la ap sen tou, e si rasin lan sen, tout branch yo ap sen tou.
ROM 11:17 Men si kèk nan branch yo te kase retire, epi ou menm, kòm yon oliv sovaj, te vin grefe pami yo, e te devni yon pati vivan avèk yo nan gwo rasin pye oliv la,
ROM 11:18 pa vin awogan anvè branch yo. Men si ou ta vin awogan, sonje ke se pa ou menm ki bay soutyen a rasin lan, men li menm ki bay ou soutyen an.
ROM 11:19 Konsa ou va di: “Men branch yo te kase pou m te kab vin grefe ladan yo”.
ROM 11:20 Se sa li ye; yo te kase akoz de enkwayans yo, men ou kanpe pa lafwa ou. Pa vin fè pretansye, men gen lakrent.
ROM 11:21 Paske si Bondye pa t konsève branch orijinal yo, Li p ap konsève ou menm nonplis.
ROM 11:22 Konsa, byen gade bonte ak severite Bondye a. Anvè sila ki tonbe yo, severite, men pou ou menm, bonte Li, si ou kontinye nan bonte Li. Otreman, l ap retire ou tou.
ROM 11:23 Konsa, yo menm tou si yo pa kontinye nan enkwayans yo, y ap grefe ladann ankò. Paske Bondye toujou kapab grefe yo ladann.
ROM 11:24 Paske si ou te koupe soti nan yon bwa ki pa nati li, te yon bwa oliv sovaj, e ou te vin grefe kont nati, nan yon bwa oliv ki kiltive, konbyen anplis tout branch sila yo ki se branch natirèl va grefe nan bwa oliv orijinal la.
ROM 11:25 Paske mwen pa vle nou, frè m yo, manke konprann mistè sila apouke nou vin sipoze nou plen ak sajès. Yon tèt di nan yon pati gen tan pran Israël jiskaske tout pèp etranje yo fin antre.
ROM 11:26 Konsa, tout Israël va sove. Jis jan sa ekri a: “Sila k ap delivre a va sòti de Sion. Li va retire enkwayans a Jacob.”
ROM 11:27 “Sa se akò Mwen avèk yo; lè Mwen va retire peche pa yo.”
ROM 11:28 Nan bi bòn nouvèl la, yo menm se lènmi pou benefis pa nou. Men selon bi chwa Bondye a, yo se byeneme pou benefis a zansèt yo.
ROM 11:29 Paske kado ak apèl Bondye pa revokab.
ROM 11:30 Menm jan ke yon fwa ou te nan dezobeyisans a Bondye, men koulye a Li bannou gras akoz dezobeyisans a Jwif yo,
ROM 11:31 konsa, yo menm tou dezobeyisan koulye a, men akoz mizerikòd Bondye gen tan bannou, yo kapab twouve gras tou.
ROM 11:32 Paske Bondye gen tan fèmen nou tout nan dezobeyisans pou li kapab montre nou tout mizerikòd li.
ROM 11:33 O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!
ROM 11:34 Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?” Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”
ROM 11:35 Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay pou Li kapab repeye li ankò?”
ROM 11:36 Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.
ROM 12:1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.
ROM 12:2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
ROM 12:3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.
ROM 12:4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon,
ROM 12:5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt.
ROM 12:6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou;
ROM 12:7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi,
ROM 12:8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
ROM 12:9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon.
ROM 12:10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.
ROM 12:11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a,
ROM 12:12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè.
ROM 12:13 Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.
ROM 12:14 Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon.
ROM 12:15 Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.
ROM 12:16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj.
ROM 12:17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun.
ROM 12:18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun.
ROM 12:19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
ROM 12:20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje; e si li swaf, bay li bwè. Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
ROM 12:21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
ROM 13:1 Chak moun dwe obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye.
ROM 13:2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo.
ROM 13:3 Paske sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj.
ROM 13:4 Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo.
ROM 13:5 Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi akoz bon konsyans pa nou.
ROM 13:6 Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a.
ROM 13:7 Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.
ROM 13:8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a.
ROM 13:9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.”
ROM 13:10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.
ROM 13:11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a.
ROM 13:12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a.
ROM 13:13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi.
ROM 13:14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
ROM 14:1 Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo.
ROM 14:2 Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim.
ROM 14:3 Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li.
ROM 14:4 Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.
ROM 14:5 Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun vin byen konvenk nan konsyans pa li.
ROM 14:6 Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman.
ROM 14:7 Paske pa gen youn nan nou ki viv pou tèt li, ni pa gen youn ki mouri pou tèt li.
ROM 14:8 Si nou viv, nou viv pou Senyè a, oubyen si nou mouri, nou mouri pou Senyè a. Donk kit nou viv, oswa kit nou mouri, se a Senyè a.
ROM 14:9 Pou rezon sa a Kris te mouri , Li te resisite, e Li te viv ankò, pou Li te kapab Senyè pou ni sa ki mouri ak sa ki vivan.
ROM 14:10 Men nou menm, poukisa nou jije frè nou an? Oswa, nou menm ankò, poukisa nou meprize frè nou an? Paske nou tout va kanpe devan chèz jijman Bondye a.
ROM 14:11 Paske sa ekri: “Jan Mwen vivan an, di Senyè a, tout jenou ap bese devan Mwen, e tout lang ap bay lwanj a Bondye”.
ROM 14:12 Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.
ROM 14:13 Konsa, annou pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè.
ROM 14:14 Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la.
ROM 14:15 Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an.
ROM 14:16 Konsa pa kite sa ki bon bagay pou ou a, vin pale pa lòt yo kòm yon mal.
ROM 14:17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an.
ROM 14:18 Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm.
ROM 14:19 Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt.
ROM 14:20 Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun.
ROM 14:21 Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite.
ROM 14:22 Lafwa ke ou genyen an, genyen li kòm pwòp konviksyon pa w devan Bondye. Beni se sila a ki pa kondane pwòp tèt li nan sa ke li apwouve.
ROM 14:23 Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.
ROM 15:1 Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi.
ROM 15:2 Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans.
ROM 15:3 Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.”
ROM 15:4 Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.
ROM 15:5 Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris:
ROM 15:6 Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.
ROM 15:7 Konsa aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a.
ROM 15:8 Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo;
ROM 15:9 epi pou pèp etranje yo ta ka bay Bondye glwa pou mizerikòd Li, jan sa ekri a: “Konsa, Mwen va bay Ou lwanj pami pèp etranje yo, e mwen va chante Non Ou.”
ROM 15:10 Li di ankò: “Rejwi, O pèp etranje yo avèk pèp Li a.”
ROM 15:11 Epi ankò: “Bay lwanj a Senyè a, nou tout pèp etranje yo! Kite tout pèp yo ba Li lwanj.”
ROM 15:12 Esaïe di ankò: “Li va gen rasin Jessé a; Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo. Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.”
ROM 15:13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
ROM 15:14 Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt.
ROM 15:15 Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz gras Bondye ke mwen resevwa a,
ROM 15:16 pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an.
ROM 15:17 Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan bagay ki apatyen a Bondye.
ROM 15:18 Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon,
ROM 15:19 nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la.
ROM 15:20 Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun,
ROM 15:21 Men jan sa ekri a: “Sila ki pa gen nouvèl Li yo va wè, e sila ki pa tande yo va konprann”.
ROM 15:22 Pou rezon sa a byen souvan mwen anpeche vin kote nou.
ROM 15:23 Men koulye a, akoz pa gen lòt andwa pou mwen nan rejyon sa yo, e depi anpil ane mwen anvi vin wè nou,
ROM 15:24 nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab ede m fin rive la apre mwen fin rejwi de prezans nou pandan kèk tan.
ROM 15:25 Men koulye a mwen prale Jérusalem pou sèvi fidèl yo.
ROM 15:26 Paske legliz yo nan Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo.
ROM 15:27 Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl.
ROM 15:28 Konsa, lè m fin fè sa, e mete so mwen sou fwi sa ki sòti nan yo menm nan, m ap pase bò kote nou nan wout pou m ale Espagne la.
ROM 15:29 Mwen konnen ke lè m vin kote nou, m ap vini byen ranpli avèk benediksyon a Kris la.
ROM 15:30 Koulye a mwen ankouraje nou, frè m yo, pa Senyè nou an, Jésus Kri e pa lanmou Lespri a, pou fè tout efò ansanm avèk mwen nan lapriyè a Bondye pou mwen menm
ROM 15:31 pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo,
ROM 15:32 pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm.
ROM 15:33 Pou koulye a ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.
ROM 16:1 Mwen rekòmande a nou sè nou Phoebé, yon sèvant legliz ki nan Cenchrée a.
ROM 16:2 Pou nou resevwa li nan non Senyè a nan yon jan ke fidèl yo ta dwe fè, e pou nou ede li nan nenpòt bezwen ke li kapab genyen. Paske li menm se yon èd pou anpil lòt moun, ak pou mwen menm tou.
ROM 16:3 Salye Prisca ak Aquilas, ouvriyè yo nan travay mwen nan Jésus Kris,
ROM 16:4 moun ki te riske pwòp tèt yo pou lavi m. Se pa sèlman a yo menm ke m di mèsi, men a tout legliz pèp etranje yo.
ROM 16:5 Salye osi tout legliz la ki reyini lakay yo a. Salye Épaïnète, zanmi byeneme m, ki te premye konvèti an Asie a.
ROM 16:6 Salye Marie ki travay di pou nou.
ROM 16:7 Salye Andronicus ak Junias, paran mwen yo, e prizonye parèy mwen yo, ki byen remakab pami apot yo, e ki te nan Kris la avan m.
ROM 16:8 Salye Amplias, zanmi byeneme m nan Senyè a.
ROM 16:9 Salye Urbain, ouvriye parèy a nou nan Kris la ak Stachys, zanmi byeneme m nan.
ROM 16:10 Salye Apellès, ki apwouve nan Kris la; salye sila ki lakay Aristobule yo.
ROM 16:11 Salye Hérodion fanmi mwen. Salye sila ki lakay Narcisse yo, ki nan Senyè a.
ROM 16:12 Salye Tryphène ak Tryphose, ouvriye nan Senyè a. Salye Perside, byeneme a, ki travay di nan Senyè a.
ROM 16:13 Salye Rufus, yon nonm chwazi nan Senyè a, manman li osi e ki tankou manman pa m tou.
ROM 16:14 Salye Asyncrite, Phlégon, Hermès, Patrobas, Hermas, ak tout frè ki avèk yo.
ROM 16:15 Salye Philologue ak Julie, Nérée ak sè li, e Olympe, e tout fidèl ki avèk yo.
ROM 16:16 Salye youn lòt avèk yon bo ki sen. Tout legliz Kris la salye nou.
ROM 16:17 Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm.
ROM 16:18 Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.
ROM 16:19 Paske rapò obeyisans nou an gen tan rive toupatou. Konsa mwen rejwi de nou, men mwen vle nou saj nan sa ki bon e inosan nan sa ki mal.
ROM 16:20 Bondye lapè a va kraze Satan anba pye nou toutalè. Ke lagras Senyè nou an Jésus kapab avèk nou.
ROM 16:21 Timothée, kanmarad travay mwen, salye nou, e osi Lucius ak Jason ak Sosipater ki se fanmi mwen.
ROM 16:22 Mwen menm, Tertius k ap ekri lèt sa a, salye nou nan Senyè a.
ROM 16:23 Gaïus ki te ban m kote pou m rete ak tout legliz la, salye nou. Éraste, trezorye vil la salye nou ak Quartus osi, frè a.
ROM 16:24 Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen.
ROM 16:25 Koulye a, a Sila ki kapab etabli nou selon bòn nouvèl mwen an ak predikasyon a Jésus Kri a, atravè revelasyon a mistè a ke li te kenbe an sekrè pandan tout tan pase yo,
ROM 16:26 men koulye a ki vin manifeste, selon Ekriti Sen a pwofèt yo, ak kòmandman a Bondye etènèl la, ki vin konnen pa tout nasyon yo, ki mennen rive a obeyisans lafwa a.
ROM 16:27 A Bondye sèl ki saj la, atravè Jésus Kris ki se laglwa pou tout tan an. Amen.
1CO 1:1 Paul, aple kon apot Jésus Kri pa volonte Bondye a, ak Sosthène, frè nou,
1CO 1:2 A legliz Bondye ki nan vil Corinthe lan, a sila ki gen tan sanktifye nan Jésus Kri yo, sen pa apèl Bondye yo, avèk tout sila yo nan tout kote ki rele non Senyè nou an, Jésus Kri; Senyè pa yo e pa nou.
1CO 1:3 Gras pounou e lapè Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.
1CO 1:4 Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a.
1CO 1:5 Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans,
1CO 1:6 menm pandan temwayaj konsènan Kris la te konfime nan nou,
1CO 1:7 jis pou nou pa manke nan okenn don, e tann avèk enpasyans revelasyon a Senyè nou an, Jésus Kri,
1CO 1:8 ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri.
1CO 1:9 Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.
1CO 1:10 Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan menm panse ak nan menm jijman.
1CO 1:11 Paske mwen enfòme o sijè de nou menm, frè m yo, pa moun Chloé yo, ke gen konfli pami nou.
1CO 1:12 Alò, men kisa m ap di. Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”.
1CO 1:13 Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin batize nan non Paul?
1CO 1:14 Mwen remèsye Bondye ke m pa t batize okenn nan nou sof ke Crispus ak Gaïus,
1CO 1:15 pou okenn moun pa ka di ke nou te batize nan non mwen.
1CO 1:16 Alò, mwen te batize tout fanmi Stéphanas la; anplis de sa, mwen pa konnen si m te batize okenn lòt moun.
1CO 1:17 Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile.
1CO 1:18 Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye.
1CO 1:19 Paske sa ekri: “Mwen va detwi sajès a saj yo, e entèlijans moun save yo, mwen va mete sou kote.”
1CO 1:20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli?
1CO 1:21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo.
1CO 1:22 Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès;
1CO 1:23 men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli.
1CO 1:24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye.
1CO 1:25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.
1CO 1:26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb.
1CO 1:27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti.
1CO 1:28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo,
1CO 1:29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye.
1CO 1:30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.
1CO 1:31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”
1CO 2:1 Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj Bondye a.
1CO 2:2 Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof Jésus Kri, e Sila krisifye a.
1CO 2:3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman.
1CO 2:4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a,
1CO 2:5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.
1CO 2:6 Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tanfin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase.
1CO 2:7 Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te planifye menm avan tan yo pou laglwa nou;
1CO 2:8 sajès ke okenn nan chèf a tan sila yo pa konprann. Paske si yo te konprann li, yo pa t ap krisifye Senyè laglwa a.
1CO 2:9 Men jan sa ekri a: “Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande, ki pa janm antre nan kè a lòm; tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”
1CO 2:10 Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a.
1CO 2:11 Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a.
1CO 2:12 Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo.
1CO 2:13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo.
1CO 2:14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye.
1CO 2:15 Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun.
1CO 2:16 “Paske kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.
1CO 3:1 Epi mwen, frè m yo, mwen pa t kab pale avèk nou menm tankou moun ki plen lespri Bondye, men tankou moun lachè yo, tankou ti zanfan piti nan Kris yo.
1CO 3:2 Mwen te bannou lèt pou nou bwè olye gwo manje; paske nou potko kab resevwa l. Anverite, menm koulye a, nou poko kapab,
1CO 3:3 pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl?
1CO 3:4 Paske lè youn di: “Mwen se moun Paul”, epi yon lòt: “Mwen se moun Appollos”, èske nou p ap aji kòmsi se lòm natirèl ke nou ye?
1CO 3:5 Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak.
1CO 3:6 Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te fè l grandi.
1CO 3:7 Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men Bondye ki fè l grandi a.
1CO 3:8 Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li.
1CO 3:9 Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.
1CO 3:10 Selon gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a.
1CO 3:11 Paske pèsòn pa kapab poze okenn lòt fondasyon sof ke sila ki poze deja a, ki se Jésus Kri.
1CO 3:12 Alò, si nenpòt moun bati sou fondasyon an avèk lò, ajan, bijou presye, bwa, zèb sèch, oswa pay,
1CO 3:13 zèv a chak moun va vin byen parèt. Paske lajounen va fè l vin parèt klè, akoz sa gen pou revele avèk dife. Epi dife a, li menm, va fè prèv valè zèv chak moun.
1CO 3:14 Si zèv a yon moun ki bati sou li a rete toujou, li va resevwa yon rekonpans.
1CO 3:15 Si zèv a yon moun vin brile, li va soufri pèt, men li menm, li va sove kòmsi, se pa dife.
1CO 3:16 Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou?
1CO 3:17 Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.
1CO 3:18 Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.
1CO 3:19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.”
1CO 3:20 Epi ankò: “Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.”
1CO 3:21 Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske tout bagay se pou nou menm,
1CO 3:22 sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen a nou menm.
1CO 3:23 Epi nou apatyen a Kris; e Kris apatyen a Bondye.
1CO 4:1 Kite yon moun gade nou konsa, kòm sèvitè a Kris e jeran a mistè ki pou Kris yo.
1CO 4:2 Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl.
1CO 4:3 Men pou mwen se yon ti bagay tou piti pou mwen ta kab jije pa nou menm, oswa nenpòt lòt tribinal moun. Anverite, mwen pa menm jije pwòp tèt mwen.
1CO 4:4 Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a.
1CO 4:5 Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.
1CO 4:6 Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa vin ògeye anvè youn e kont yon lòt.
1CO 4:7 Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.
1CO 4:8 Nou deja ranpli! Nou deja vin rich! Nou deja vin wa san èd nou menm! E anverite, mwen ta kontan si nou te deja wa pou nou menm ta kapab renye ansanm avèk nou.
1CO 4:9 Paske mwen panse ke Bondye te fè nou menm kòm apot pi ba ke tout; tankou moun ki kondane a lanmò, paske nou te gen tan vin yon spektak pou mond lan, ni pou zanj yo, ni pou moun.
1CO 4:10 Nou se moun fou pou kòz a Kris la, men ou menm, ou saj nan Kris; nou fèb, men ou menm, ou fò; ou menm, ou byen distenge, men nou menm, nou san onè.
1CO 4:11 Jiska moman sa a nou grangou ak swaf, mal abiye, maltrete, e san kote pou nou rete.
1CO 4:12 Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa.
1CO 4:13 Lè yo pale nou mal, nou eseye antann nou. Nou devni tankou fatra a mond lan, retay nan tout bagay, menm jiska koulye a.
1CO 4:14 Mwen pa ekri bagay sa yo pou fè nou wont, men pou avèti nou kòm pitit byeneme mwen.
1CO 4:15 Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen te devni papa nou akoz bòn nouvèl la.
1CO 4:16 Konsa, mwen egzòte nou, pou nou vin imitatè a mwen menm.
1CO 4:17 Se pou rezon sa a, mwen voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo.
1CO 4:18 Alò, kèk nan nou vin awogan, kòmsi mwen pa t ap vin kote nou.
1CO 4:19 Men mwen va vini kote nou byento si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo.
1CO 4:20 Paske wayòm Bondye a pa fèt avèk pawòl, men avèk pwisans.
1CO 4:21 Kisa nou dezire? Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?
1CO 5:1 Anverite gen rapò ki gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.
1CO 5:2 Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.
1CO 5:3 Paske mwen menm, bò kote pa m, malgre mwen absan nan kò men mwen prezan nan lespri. Mwen deja jije mesye ki fè zak sila a, tankou mwen te prezan.
1CO 5:4 Nan non Senyè nou an Jésus Kri, lè nou vin rasanble, e mwen menm avèk nou nan lespri avèk pouvwa Senyè nou an Jésus,
1CO 5:5 nou gen pou livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove nan jou Senyè a Jésus.
1CO 5:6 Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?
1CO 5:7 Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.
1CO 5:8 Konsa, annou selebre fèt la pa avèk vye ledven an, ni avèk move ledven an ak mechanste, men avèk pen san ledven nan plen senserite ak verite a.
1CO 5:9 Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;
1CO 5:10 Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.
1CO 5:11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.
1CO 5:12 Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?
1CO 5:13 Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.
1CO 6:1 Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo olye devan sen yo?
1CO 6:2 Oubyen èske nou pa konnen ke se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo?
1CO 6:3 Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a?
1CO 6:4 Donk, si konsa, nou sèvi ak tribinal pou regle pwoblèm nan lavi sa, èske nou chwazi kon jij sila ki pa kab reprezante anyen nan legliz yo?
1CO 6:5 Mwen di nou sa pou wont nou. Si se konsa, ke pa gen yon moun saj pami nou ki kapab deside antre frè li yo?
1CO 6:6 Men frè ale devan lalwa avèk frè, e tout sa devan enkwayan yo.
1CO 6:7 Alò konsa, sa se deja yon defèt pou nou, pou n ap fè pwosè avèk youn lòt. Poukisa nou pa pito soufri lenjistis? Poukisa nou pa pito aksepte sibi fwod?
1CO 6:8 Okontrè, nou menm, nou fè lenjistis ak fwod la. Nou fè sa menm kont frè nou yo.
1CO 6:9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo
1CO 6:10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a.
1CO 6:11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
1CO 6:12 Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen.
1CO 6:13 Manje se pou vant e vant se pou manje; men Bondye va mete yon fen a toulède. Men kò a se pa pou imoralite, men pou Senyè a; e Senyè a se pou kò a.
1CO 6:14 Alò, Bondye non sèlman leve Senyè a, men va osi leve nou selon pouvwa Li.
1CO 6:15 Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt!
1CO 6:16 Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”.
1CO 6:17 Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li.
1CO 6:18 Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l.
1CO 6:19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou?
1CO 6:20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.
1CO 7:1 Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm.
1CO 7:2 Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li.
1CO 7:3 Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li.
1CO 7:4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan.
1CO 7:5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.
1CO 7:6 Men sa mwen vin di kòm yon konsesyon ak nou, men pa kòm yon lòd.
1CO 7:7 Sepandan, mwen ta pito ke tout moun te menm rete tankou mwen menm. Men chak moun gen pwòp don li ki sòti nan Bondye; pou youn se yon jan, e pou yon lòt, se yon lòt jan.
1CO 7:8 Alò mwen di a sila ki poko marye yo, e ak vèv yo, ke li ta bon pou yo si yo rete menm jan ak mwen menm.
1CO 7:9 Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon.
1CO 7:10 Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li
1CO 7:11 Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.
1CO 7:12 Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li.
1CO 7:13 Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale.
1CO 7:14 Paske mari enkwayan an vin sanktifye akoz madanm li, e madanm enkwayan an vin sanktifye akoz mari li ki kwayan an, paske otreman pitit nou yo te enpi, men koulye a, yo sen.
1CO 7:15 Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.
1CO 7:16 Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.
1CO 7:17 Sèlman jan Senyè a bay a chak moun nan, jan Bondye rele chak moun nan konsa, kite l mache. Epi se konsa ke m bay lòd nan tout legliz yo.
1CO 7:18 Èske yon moun ki te rele pa Bondye te deja sikonsi? Li pa dwe vin ensikonsi. Èske yon moun lè l rele pa Bondye tou ensikonsi? Li pa dwe vin sikonsi.
1CO 7:19 Sikonsizyon pa anyen, e ensikonsizyon pa anyen, men sa ki enpòtan an se kenbe kòmandman Bondye a.
1CO 7:20 Chak moun dwe rete nan menm kondisyon ke li te resevwa apèl la.
1CO 7:21 Èske nou te resevwa apèl la pandan nou te esklav? Pa enkyete nou pou sa, men si nou kapab osi vin lib, pito nou fè l.
1CO 7:22 Paske sila ki te rele pa Senyè a pandan li te esklav la, se moun lib a Senyè a; menm jan an sila ki te rele pandan li te lib la, se esklav a Kris la.
1CO 7:23 Nou te achte a yon pri; pa devni esklav a lèzòm.
1CO 7:24 Frè m yo chak moun dwe rete avèk Bondye nan menm eta ke li te resevwa apèl la.
1CO 7:25 Alò konsènan vyèj yo, mwen pa gen okenn lòd Senyè a, men mwen bay yon refleksyon kòm yon moun ki pa mizerikòd Senyè a dign de konfyans.
1CO 7:26 Mwen kwè ke li bon nan sikonstans boulvès nan tan kounye a pou yon nonm ta rete jan li ye a.
1CO 7:27 Èske ou mare ak yon madanm? Pa chache vin lib. Èske ou lib de yon madanm? Pa chache yon madanm.
1CO 7:28 Men si nou marye, nou pa peche. E si yon vyèj marye, li pa peche. Men deja moun sa yo va gen pwoblèm nan vi sa a, e m ap eseye epagne nou.
1CO 7:29 Men mwen di sa, frè m yo, tan an ap vin kout. Depi koulye a, sila ki gen madanm yo ta dwe tankou yo pa t genyen;
1CO 7:30 epi sila ki kriye yo, tankou yo pa t kriye; sila ki rejwi yo, tankou yo pa t rejwi, e sila ki achte yo, tankou yo pa t posede anyen;
1CO 7:31 epi sila ki itilize mond lan, tankou yo pa t itilize li anpil. Paske fòm mond sa a ap disparèt.
1CO 7:32 Men mwen vle nou libere de sousi sa a. Yon nonm ki pa marye sousye sèlman de zafè a Senyè a, de jan li kapab fè l kontan,
1CO 7:33 men yon nonm ki marye sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè madanm li plezi.
1CO 7:34 Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi.
1CO 7:35 Mwen di sa pou pwòp benefis pa nou; se pa pou jennen nou, men pou ankouraje sa ki bon, e pou vin gen yon angajman san distraksyon anvè Senyè a.
1CO 7:36 Men si yon moun panse ke l ap aji yon jan ki pa dign anvè pitit fi vyèj li, si li vin gen laj ase, e si sa dwe fèt, kite li fè sa li pito. Li pa peche. Kite li marye.
1CO 7:37 Men sila a ki kanpe fèm nan kè li, san ke li pa anba kontrent, men gen otorite sou pwòp volonte l, e ki deside sa nan pwòp kè l, pou konsève pwòp pitit fi vyèj pa li a, li va fè byen.
1CO 7:38 Konsa, sila ki bay pwòp pitit fi li a nan maryaj ap fè byen, e sila ki pa bay li nan maryaj la ap fè mye.
1CO 7:39 Yon madanm mare selon lalwa a, ak mari li toutotan ke li vivan. Men si mari li mouri, li lib pou marye avèk sila ke li pito, men sèlman nan Senyè a.
1CO 7:40 Men nan refleksyon pa m, l ap pi kontan si li rete jan li ye a. E mwen panse osi ke m gen Lespri Bondye a avè m.
1CO 8:1 Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann.
1CO 8:2 Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko konnen jan li dwe konnen an.
1CO 8:3 Men si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen li.
1CO 8:4 Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye.
1CO 8:5 Paske, menmsi genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè,
1CO 8:6 malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Papa a. De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.
1CO 8:7 Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye.
1CO 8:8 Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje.
1CO 8:9 Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite.
1CO 8:10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo?
1CO 8:11 Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an.
1CO 8:12 Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la.
1CO 8:13 Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.
1CO 9:1 Èske mwen pa lib? Èske mwen pa yon apòt? Èske mwen pa wè Jésus, Senyè nou an? Èske nou se pa zèv mwen nan Senyè a?
1CO 9:2 Si pou lòt yo mwen pa yon apòt, omwen mwen se yon apòt pou nou. Paske nou se so a ki fè m apòt nan Senyè a.
1CO 9:3 Defans mwen a sila ki jije m yo se sa:
1CO 9:4 Èske nou pa gen dwa pou nou manje ak bwè?
1CO 9:5 Èske nou pa gen dwa pou pran avèk nou yon madanm fidèl nan lafwa, menm jan ak rès apòt yo, frè a Senyè yo ak Céphas?
1CO 9:6 Oubyen èske se sèlman Barnabas ak mwen menm ki pa gen dwa sispann travay?
1CO 9:7 Kilès ki nan nenpòt tan ki sèvi kòm yon sòlda ak pwòp depans pa l? Kilès ki plante yon chan rezen e ki pa manje fwi li? Oubyen kilès ki bèje yon bann mouton e ki pa itilize lèt bann mouton an?
1CO 9:8 Èske mwen pale bagay sa yo jan moun reflechi? Oubyen èske lalwa pa di menm bagay sa yo tou.
1CO 9:9 Paske sa ekri nan Lalwa Moïse la: “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap bat rekòlt la.” Èske nou kwè ke se sou zafè bèf ke Bondye ap pale a?
1CO 9:10 Oswa èske l ap pale espre pou nou? Wi, se pou enterè nou sa te ekri a, paske moun ki laboure tè a dwe laboure avèk espwa, e sila k ap bat rekòlt la dwe bat li avèk espwa ke l ap pataje nan rekòlt la.
1CO 9:11 Si nou te simen bagay ki apatyen a Lespri ki nan nou an, èske se twòp si nou rekòlte bagay materyèl ki soti nan nou yo?
1CO 9:12 Si lòt yo gen dwa sou nou, èske nou menm pa gen plis? Sepandan nou pa t itilize dwa sa a, men nou te sipòte tout bagay pou nou pa anpeche levanjil a Kris la.
1CO 9:13 Èske nou pa konnen ke sila ki fè sèvis adorasyon yo manje manje tanp lan, e sila ki toujou okipe lotèl la gen pòsyon pa yo sou lotèl la?
1CO 9:14 Menm jan an tou Senyè a te dirije sila ki pwokame levanjil yo pou twouve mwayen lavi yo nan levanjil la.
1CO 9:15 Men mwen pa t itilize okenn nan bagay sa yo. E mwen p ap ekri bagay sa yo pou sa kab fèt nan ka pa m nan; paske li ta pi bon pou m mouri, pase pou m kite okenn moun retire fyète m nan men m.
1CO 9:16 Paske si m preche levanjil la, mwen pa gen anyen pou m ta vante tèt mwen, pwiske mwen anba obligasyon; paske malè a mwen menm si mwen pa preche levanjil la.
1CO 9:17 Paske si mwen fè sa volontèman, mwen deja gen yon rekonpans. Men si se kont volonte m, mwen vin gen yon jerans ki plase sou mwen menm.
1CO 9:18 Konsa, kisa ki rekonpans mwen an? Sa, lè m preche levanjil la, mwen kapab ofri levanjil la san frè, pou m pa sèvi tout dwa ke m gen nan levanjil la.
1CO 9:19 Paske malgre ke m lib de tout moun, mwen fè tèt mwen esklav a tout moun, pou m kapab konvenk plis moun toujou.
1CO 9:20 Pou Jwif yo mwen te vin Jwif, pou mwen te kapab konvenk Jwif yo. Pou sila ki anba Lalwa yo, kòmsi m te anba Lalwa, malgre ke mwen menm pa t anba Lalwa, pou m te kapab konvenk sila ki anba Lalwa yo.
1CO 9:21 Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.
1CO 9:22 Pou fèb yo mwen te vin fèb, pou m te kapab konvenk fèb yo. Mwen te vini tout bagay pou tout moun pou m ta kapab pa tout mwayen sove kèk.
1CO 9:23 Mwen fè tout bagay pou koz a levanjil la, pou m kapab vin gen dwa patisipe ladann.
1CO 9:24 Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.
1CO 9:25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.
1CO 9:26 Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.
1CO 9:27 Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.
1CO 10:1 Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a.
1CO 10:2 Epi yo tout te batize nan Moïse nan nyaj la ak nan lanmè a;
1CO 10:3 e yo tout te manje menm manje lespri a.
1CO 10:4 Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la.
1CO 10:5 Sepandan, avèk pifò nan yo, Bondye pa t kontan; akoz sa yo te mouri nan dezè a.
1CO 10:6 Alò, bagay sa yo te rive kòm yon egzanp pou nou, pou nou pa gen move lanvi jan yo menm te gen move lanvi a.
1CO 10:7 Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: “Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.”
1CO 10:8 Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou.
1CO 10:9 Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo.
1CO 10:10 Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a.
1CO 10:11 Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt.
1CO 10:12 Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.
1CO 10:13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
1CO 10:14 Konsa, byeneme m yo, sove kite idolatri.
1CO 10:15 Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a.
1CO 10:16 Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la?
1CO 10:17 Paske gen yon sèl pen, nou menm ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen.
1CO 10:18 Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?
1CO 10:19 Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay?
1CO 10:20 Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.
1CO 10:21 Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo.
1CO 10:22 Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?
1CO 10:23 Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye.
1CO 10:24 Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou.
1CO 10:25 Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon.
1CO 10:26 “Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.”
1CO 10:27 Si youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon.
1CO 10:28 Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè a, ak tout sa ki ranpli l.”
1CO 10:29 Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt?
1CO 10:30 Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?
1CO 10:31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.
1CO 10:32 Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.
1CO 10:33 Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.
1CO 11:1 Se pou nou vin imitatè a mwen menm, menm jan ke mwen osi se imitatè a Kris la.
1CO 11:2 Alò mwen fè nou konpliman akoz ke nou sonje mwen nan tout bagay, e nou kenbe fèm a tout sa ke m enstwi nou yo, jis jan ke m te livre yo bannou an.
1CO 11:3 Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la.
1CO 11:4 Tout gason ki gen yon bagay sou tèt li pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li.
1CO 11:5 Men chak fanm ki kite tèt li dekouvri pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. Paske li vin menm jan avèk yon fanm ki pase razwa nan tèt li.
1CO 11:6 Paske si yon fanm pa kouvri tèt li, kite li koupe cheve l tou. Men si se yon dezonè pou yon fanm koupe cheve li, oswa pase razwa nan tèt li, kite li kouvri tèt li.
1CO 11:7 Paske yon gason pa ta dwe kouvri tèt li akoz ke li se imaj ak glwa a Bondye, men fanm nan se glwa a gason.
1CO 11:8 Paske gason pa soti nan fanm, men fanm soti nan gason.
1CO 11:9 Paske, gason pa t kreye pou koz a fanm nan, men fanm nan pou koz a gason an.
1CO 11:10 Konsa, fanm nan dwe gen yon siyal otorite sou tèt li akoz zanj yo.
1CO 11:11 Sepandan, nan Senyè a, ni fanm nan pa endepandan de gason an, ni gason an pa endepandan de fanm nan.
1CO 11:12 Paske menm jan ke fanm nan sòti nan gason an, osi gason an gen nesans li atravè fanm nan; men tout bagay sòti nan Bondye.
1CO 11:13 Jije nou menm: èske li bon pou yon fanm priye Bondye avèk tèt li dekouvri?
1CO 11:14 Èske menm lanati li menm pa enstwi nou ke si yon nonm gen cheve long, se yon dezonè pou li,
1CO 11:15 men si yon fanm gen cheve long, se yon glwa pou li? Paske cheve li te donnen kon yon kouvèti pou li.
1CO 11:16 Men si yon moun ta vle diskite kont sa, ni nou menm, ni legliz Bondye yo pa pou gen okenn lòt pratik.
1CO 11:17 Men lè mwen bay nou kòmand sila a, mwen pa fè nou konpliman, paske nou pa reyini ansanm pou sa ki pi bon men pou sa ki pi mal.
1CO 11:18 Paske premyèman, lè nou reyini ansanm kòm yon legliz, mwen tande ke gen divizyon pami nou, e mwen kwè yon pati nan sa gen verite.
1CO 11:19 Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou.
1CO 11:20 Konsa, lè nou reyini ansanm, nou pa fè l pou nou manje manje Senyè a.
1CO 11:21 Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e yon lòt sou.
1CO 11:22 Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman.
1CO 11:23 Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an.
1CO 11:24 Lè L te fin bay remèsiman, li te kase li e te di: “Pran, manje. Sa se kò Mwen ki kase pou nou. Fè sa nan memwa a Mwen menm.”
1CO 11:25 Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.”
1CO 11:26 Paske tout tan ke nou manje pen sa a, e bwè tas sa a, nou pwoklame lanmò Senyè a jiskaske Li vini.
1CO 11:27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oubyen bwè tas Senyè a nan yon fason ki pa dign, va koupab de kò ak san Senyè a.
1CO 11:28 Men yon moun dwe egzamine tèt li, e konsa kite li manje pen an e bwè tas la.
1CO 11:29 Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije kò Senyè a.
1CO 11:30 Pou rezon sa a, anpil pami nou fèb, malad, e kèk mouri.
1CO 11:31 Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije.
1CO 11:32 Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.
1CO 11:33 Konsa, frè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, se pou nou tann youn lòt.
1CO 11:34 Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.
1CO 12:1 Alò, konsènan don Lespri Sen yo, frè m yo, mwen pa vle nou enkonsyan de yo.
1CO 12:2 Nou konnen ke lè nou te payen, nou te mennen egare kote zidòl ki pa t kapab pale yo, nenpòt jan yo ta ka mennen nou.
1CO 12:3 Konsa, mwen fè nou konnen ke pa gen pèsòn k ap pale pa Lespri Bondye a ki di: “Jésus madichonnen”. Ni pèsòn p ap ka di: “Jésus se Senyè a”, eksepte pa Lespri Sen an.
1CO 12:4 Alò, gen plizyè kalitie don, men se menm Lespri a.
1CO 12:5 Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a.
1CO 12:6 Gen plizyè kalite fonksyon, men menm Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun.
1CO 12:7 Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun.
1CO 12:8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a.
1CO 12:9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a,
1CO 12:10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo.
1CO 12:11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.
1CO 12:12 Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye.
1CO 12:13 Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.
1CO 12:14 Paske kò a se pa yon sèl manm, men anpil manm.
1CO 12:15 Si pye a ta di: “Akoz ke mwen se pa yon men, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa sa ki ta fè l okenn mwens yon pati nan kò a.
1CO 12:16 Epi si zòrèy la di: “Mwen pa yon zye, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa pou rezon sa a li pa omwen yon pati nan kò a.
1CO 12:17 Si tout kò a te yon zye, kote zòrèy la t ap ye? Si tout kò a te sèl zòrèy, kote nen pou santi t ap ye?
1CO 12:18 Men koulye a Bondye byen plase manm yo, yo chak nan kò a jis jan Li te vle a.
1CO 12:19 Si yo tout te yon sèl manm, kote kò a t ap ye?
1CO 12:20 Men koulye a gen anpil manm, men yon sèl kò.
1CO 12:21 Konsa, zye a pa kapab di a men an: “Mwen pa bezwen ou” ni ankò, tèt la a pye yo: “Mwen pa bezwen nou.”
1CO 12:22 Okontrè, li pi vre ke manm kò ki sanble pi fèb yo nesesè.
1CO 12:23 Epi manm nan kò yo ke nou estime mwens onorab yo, sou yo nou bay plis onè, e manm ki mwens prezantab nou yo, vin pi prezantab,
1CO 12:24 pandan ke manm pi prezantab nou yo pa bezwen sa. Men Bondye byen ranje kò a pou bay plis onè a manm ki manke onè yo,
1CO 12:25 jis pou pa vin gen divizyon nan kò a, men pou manm yo kapab gen menm sousi pou youn lòt.
1CO 12:26 Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.
1CO 12:27 Alò ansanm, nou se kò a Kris la, e nou se chak grenn manm de li.
1CO 12:28 Konsa, Bondye te chwazi nan legliz la, premyèman apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo.
1CO 12:29 Èske se tout ki apot? Non! Èske tout se pwofèt? Non! Èske tout se enstriktè? Non Èske se tout ki fè mirak? Non!
1CO 12:30 Èske tout fè gerizon? Non! Èske tout pale an lang? Non! Èske tout entèprete? Non!
1CO 12:31 Men swayezman kiltive dezi pou pi gran don yo. E mwen va montre nou yon chemen ki toujou pi ekselan.
1CO 13:1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone.
1CO 13:2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.
1CO 13:3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
1CO 13:4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan.
1CO 13:5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa.
1CO 13:6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a.
1CO 13:7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
1CO 13:8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.
1CO 13:9 Paske nou konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati;
1CO 13:10 men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt.
1CO 13:11 Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo.
1CO 13:12 Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an.
1CO 13:13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.
1CO 14:1 Pouswiv lanmou, men dezire ak tout kè nou, don Lespri yo, sitou don pou nou kapab pwofetize a.
1CO 14:2 Paske sila ki pale an lang yo pa pale ak moun, men ak Bondye; paske pèsòn pa konprann, men nan lespri li, li pale mistè yo.
1CO 14:3 Men yon moun ki pwofetize pale ak moun pou fè yo konprann plis, pou egzòte yo, e pou konsole yo.
1CO 14:4 Sila ki pale an lang lan, edifye tèt li, men sila ki pwofetize a edifye legliz la.
1CO 14:5 Alò, mwen ta kontan si nou tout te pale an lang men menm plis, ke nou tout ta pwofetize. Paske pi gran an se sila ki pwofetize a, pase sila ki pale an lang lan, amwenske li entèprete, pou legliz la kapab vin edifye.
1CO 14:6 Men alò, frè m yo, si mwen vini a nou menm e m ap pale an lang, ki pwofi mwen ye pou nou si omwen mwen pa pale ak nou selon revelasyon, konesans, pwofesi oswa enstriksyon?
1CO 14:7 Paske menm bagay ki pa gen lavi nan yo, tankou flit, oswa ap, lè yo fè yon son, si li pa yon son ki klè, kijan nou ka fè konnen si sa k ap jwe a se flit la, oswa ap la?
1CO 14:8 Paske si twonpèt la pwodwi yon son ki pa klè, kijan yon moun va prepare tèt li pou batay la?
1CO 14:9 Donk nou menm tou, sof ke nou pale an lang pawòl ki klè, kijan yo va konnen sa ki pale a? Paske si li pa konsa, se konsi, nou pale pawòl anlè.
1CO 14:10 Genyen, petèt, anpil kalite lang nan mond lan, e okenn pa san konprann.
1CO 14:11 Si, alò, mwen pa konprann lang lan, a sila ki pale li a, mwen va tankou yon sovaj, e sila ki pale a va yon sovaj pou mwen.
1CO 14:12 Alò, nou menm osi, paske nou gen zèl pou don Lespri yo, toujou chèche ranpli ak yo pou edifikasyon legliz la.
1CO 14:13 Konsa, kite sila ki pale an lang lan priye pou li kapab osi entèprete li.
1CO 14:14 Paske si mwen priye nan yon lang, lespri mwen priye, men entèlijans mwen rete san fwi.
1CO 14:15 Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans lan osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans lan osi.
1CO 14:16 Otreman, si nou beni nan lespri a sèlman, kijan sila ki okipe plas moun ki san don yo va di “Amen” lè nou bay remèsiman, paske li menm, li pa konnen sa n ap di a?
1CO 14:17 Paske nou ap bay remèsiman ase byen, men lòt moun nan pa edifye.
1CO 14:18 Mwen remèsye Bondye m nan, mwen pale an lang plis ke nou tout.
1CO 14:19 Sepandan, nan legliz la mwen pito pale senk mo avèk entèlijans mwen, pou m kapab enstwi lòt yo osi, olye di-mil mo an lang.
1CO 14:20 Frè m yo pa fè tankou timoun nan jan nou reflechi. Nan sa ki mal la rete inosan tankou tibebe, men nan jan nou panse, reflechi tankou granmoun.
1CO 14:21 Nan Lalwa a, li ekri: “Pa lèzòm ak lang etranje yo, e pa bouch etranje yo mwen va pale a pèp sila a, e malgre sa, yo p ap koute Mwen,” di Senyè a.
1CO 14:22 Kidonk, lang yo se pou yon sign, pa pou sila ki kwè yo, men pou enkwayan yo; men pwofetize se yon sign, pa pou enkwayan yo, men pou sila ki kwè yo.
1CO 14:23 Donk, si tout legliz la reyini ansanm e yo tout pale an lang, e moun ki san don oubyen enkwayan yo antre, èske yo p ap di ke nou fou?
1CO 14:24 Men si nou tout ap pwofetize, e yon enkwayan oubyen yon moun ki san don antre, l ap vin konvenk pa tout bagay. Konsa, li va rele pou vin rann kont de tout bagay.
1CO 14:25 Sekrè a kè li vin devwale, e konsa li va tonbe sou fas li pou adore Bondye e deklare ke Bondye an verite pami nou.
1CO 14:26 Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.
1CO 14:27 Si yon moun pale an lang, li ta dwe pa plis ke de moun, o menm twa. Fòk li an lòd, youn apre lòt, e yon moun dweentèprete.
1CO 14:28 Men si pa gen entèprèt, li dwe rete an silans nan legliz la, e kite li pale ak tèt li e ak Bondye.
1CO 14:29 Kite de oubyen twa pwofèt pale, e kite lòt yo jije sa.
1CO 14:30 Men si yon revelasyon vin fèt a yon moun ki chita, premye a dwe fè silans.
1CO 14:31 Paske nou tout kapab pwofetize youn apre lòt, pou nou tout kapab konprann e nou tout kapab jwenn egzòtasyon.
1CO 14:32 Konsa, lespri a pwofèt yo se sijè a pwofèt yo.
1CO 14:33 Paske Bondye se pa yon Bondye ki mennen konfizyon, men lapè, tankou nan tout legliz a sen yo.
1CO 14:34 Ke fanm yo rete an silans nan legliz la; paske yo pa pèmèt pou yo pale, men kite yo vin anba lòd, jan Lalwa anplis konn di a.
1CO 14:35 Si yo dezire aprann yon bagay, kite yo mande pwòp mari yo lakay yo; paske se pa pwòp pou yon fanm pale nan legliz la.
1CO 14:36 Ki sa a? Èske se nan nou menm pawòl Bondye a te sòti premyèman? Oubyen èske li vini a nou menm sèlman?
1CO 14:37 Si yon moun panse ke li se yon pwofèt, oswa plen lespri, kite li rekonèt ke bagay ke mwen ekri a nou menm yo se kòmandman a Senyè a.
1CO 14:38 Men si yon moun pa rekonèt sa, li menm, osi li p ap rekonèt.
1CO 14:39 Konsa, frè m yo Se pou nou gen yon dezi sensè pou pwofetize, e pa anpeche moun pale an lang.
1CO 14:40 Men tout bagay dwe fèt byen pwòp ak nan lòd.
1CO 15:1 Koulye a, mwen fè konnen a nou menm, frè m yo, levanjil ke mwen te preche a nou an, ke osi nou te resevwa a ladann osi nou kanpe.
1CO 15:2 Pa li menm osi nou ap sove, si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.
1CO 15:3 Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo,
1CO 15:4 ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo.
1CO 15:5 Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo.
1CO 15:6 Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo gen tan mouri.
1CO 15:7 Answit Li te parèt a Jacques, e answit tout apot yo.
1CO 15:8 Epi an dènye, tankou yon pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, Li te parèt a mwen menm tou.
1CO 15:9 Paske mwen se pi piti a pami apot yo, e ki pa menm dign pou rele apot, paske mwen te konn pèsekite legliz Bondye a.
1CO 15:10 Men, pa gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.
1CO 15:11 Alò, kit se te pa mwen, kit se te pa yo, konsa nou te preche, epi konsa nou tout te kwè.
1CO 15:12 Alò, si Kris la preche, ke Li te leve nan lanmò, kijan kèk pami nou ap di ke pa gen rezirèksyon mò yo?
1CO 15:13 Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, menm Kris la pa t leve.
1CO 15:14 Epi si Kris la pa t leve, answit nou ap preche anven, e lafwa nou osi anven.
1CO 15:15 Anplis ke sa, nou menm vin twouve nou kòm fo temwen a Bondye, paske nou te temwaye kont Bondye, ke Li te leve Kris la, ke Li pa t leve vrèman, si anfèt mò yo pa leve.
1CO 15:16 Paske si mò yo pa leve, menm Kris la pa t leve.
1CO 15:17 Epi si Kris la pa t leve, lafwa nou vin san valè, e nou toujou nan peche nou yo.
1CO 15:18 Answit sila ki mouri nan Kris yo peri.
1CO 15:19 Konsa, si nou te mete espwa nou nan Kris sèlman nan vi sa a, nou pami moun ki pi pitwayab ke tout moun.
1CO 15:20 Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo.
1CO 15:21 Paske si se pa yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini.
1CO 15:22 Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.
1CO 15:23 Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa sila ki nan Kris yo lè L vini.
1CO 15:24 Answit va vini lafen, lè Li livre wayòm nan a Bondye, Papa a, lè Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo.
1CO 15:25 Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li.
1CO 15:26 Dènye lènmi ki va aboli a se lanmò.
1CO 15:27 Paske “Li te fè tout bagay soumèt anba pye Li.” Men lè Li di: “Tout bagay soumèt”, li byen klè ke Li menm ki te fè tout bagay soumèt a Li menm nan, pa ladann.
1CO 15:28 Lè tout bagay soumèt a Li menm, answit Fis la, Li menm, osi va vin soumèt a Sila ki te soumèt tout bagay a Li menm nan, pou Bondye kapab tout nan tout bagay.
1CO 15:29 Otreman, kisa sila yo ki batize pou mò yo va fè? Si mò yo pa leve menm, alò poukisa yo batize pou yo?
1CO 15:30 Poukisa nou menm tou, nou an danje a chak moman?
1CO 15:31 Mwen dakò fè nou konnen, frè m yo, pa fyète ke m gen nan nou, ak nan Jésus Kri Senyè nou an, mwen mouri chak jou.
1CO 15:32 Si se te pou yon motif moun ke m te goumen avèk bèt sovaj chak jou an Éphèse yo, ki pwofi sa t ap ban mwen? Si mò yo pa leve “Annou manje ak bwè, paske demen n ap mouri.”
1CO 15:33 Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”
1CO 15:34 Vin reflechi byen serye jan nou ta dwe fè a, e sispann fè peche; paske kèk nan nou pa menm gen konesans a Bondye. Mwen pale sa pou fè nou wont.
1CO 15:35 Men yon moun va di: “Kijan mò yo leve a?” Epi “avèk ki kalite kò yo ap vini?”
1CO 15:36 Moun sòt! Sa ke nou simen pa kapab vin gen lavi amwenske li mouri;
1CO 15:37 Epi sa ke nou simen an, nou pa simen kò a li menm, men yon senp ti grenn, petèt yon ble oubyen yon lòt bagay.
1CO 15:38 Men Bondye bay li yon kò jis jan ke Li te dezire a, e a chak grenn semans yo yon kò pou kont li.
1CO 15:39 Tout chè pa menm kalite chè. Gen yon chè pou lòm, e yon lòt chè pou bèt, yon lòt chè pou zwazo, e yon lòt pou pwason.
1CO 15:40 Gen osi kò selès ak kò tèrès, men laglwa selès la se youn, e laglwa tèrès la se yon lòt.
1CO 15:41 Gen yon glwa nan solèy la, yon lòt glwa nan lalin lan, e yon lòt nan zetwal yo; paske chak zetwal apa nan glwa li.
1CO 15:42 Menm jan an tou pou rezirèksyon a mò yo. Li simen kòm yon kò perisab, men li leve kòm yon kò enperisab.
1CO 15:43 Li simen nan dezonè, li leve nan laglwa. Li simen nan feblès, li leve nan pouvwa.
1CO 15:44 Li simen kòm yon kò natirèl; li leve kòm yon kò espirityèl. Si gen yon kò natirèl, anplis gen yon kò espirityèl.
1CO 15:45 Menm jan an osi sa ekri: “Premye lòm nan, Adam, te devni yon nanm vivan.” Dènye Adam an, Jésus Kris, yon lespri ki bay lavi.
1CO 15:46 Sepandan, sa ki gen lespri a pa vini avan, men sa ki natirèl la, answit sa ki gen lespri a.
1CO 15:47 Premye lòm nan sòti nan latè. Li se moun tèrès. Dezyèm lòm nan sòti nan syèl la.
1CO 15:48 Jan tè a ye a, se konsa sila ki tèrès yo ye tou; e menm jan selès la ye a, konsa selès yo ye tou.
1CO 15:49 Jis jan ke nou pote imaj a tèrès la, konsa osi nou va pote imaj a selès la.
1CO 15:50 Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.
1CO 15:51 Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje,
1CO 15:52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje.
1CO 15:53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite.
1CO 15:54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
1CO 15:55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”
1CO 15:56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
1CO 15:57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
1CO 15:58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.
1CO 16:1 Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou.
1CO 16:2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini.
1CO 16:3 Konsa, lè m rive nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem;
1CO 16:4 epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.
1CO 16:5 Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske m ap pase Macédoine.
1CO 16:6 Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale.
1CO 16:7 Paske mwen pa vle wè nou koulye a sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle.
1CO 16:8 Men mwen va rete Éphèse jiska fèt pannkot la;
1CO 16:9 Paske yon pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.
1CO 16:10 Alò, si Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la.
1CO 16:11 Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.
1CO 16:12 Men konsènan Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite.
1CO 16:13 Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.
1CO 16:14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.
1CO 16:15 Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou ministè a sen yo).
1CO 16:16 Pou nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la.
1CO 16:17 Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi sa ki te manke nan pati a nou menm.
1CO 16:18 Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.
1CO 16:19 Legliz Asie yo salye nou. Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk legliz ki lakay yo a.
1CO 16:20 Tout frè yo salye nou. Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.
1CO 16:21 Salitasyon de pwòp men pa m——Paul.
1CO 16:22 Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Vin non, Senyè nou an!
1CO 16:23 Ke gras Senyè a Jésus avèk nou.
1CO 16:24 Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.
2CO 1:1 Paul, yon apot Kris Jésus pa volonte Bondye, e Timothée, frè nou, a legliz Bondye ki nan Corinthe lan, avèk tout sen ki toupatou nan vil Achaïe yo:
2CO 1:2 Lagras avèk nou ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.
2CO 1:3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo;
2CO 1:4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a.
2CO 1:5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la.
2CO 1:6 Men si nou aflije, se pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou.
2CO 1:7 Konsa, espwa nou pou ou tout fonde byen fèm paske nou konnen menm jan ke ou pataje soufrans nou yo avèk nou, ou menm tou ap pataje rekonfò nou yo.
2CO 1:8 Paske nou pa vle nou inyoran, frè m yo, de afliksyon ki te vini sou nou an Asie yo, ke nou te peze anpil anpil, menm depase fòs nou, pou nou te kab menm vin dezespere de lavi nou.
2CO 1:9 Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a,
2CO 1:10 ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou;
2CO 1:11 nou osi ki jwenn avèk nou menm nan lapriyè, pou remèsiman kapab bay pa anpil moun pou nou, pou gras ke nou resevwa atravè priyè anpil moun.
2CO 1:12 Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm.
2CO 1:13 Paske nou pa ekri okenn lòt bagay bannou, sof ke sa nou kapab li ak konprann, e m espere ke nou va konprann jiska lafen.
2CO 1:14 Menm jan ou te osi konprann nou nan yon pati a, ke ou se rezon fyète nou nan jou a Senyè nou an Jésus, menm jan tou ke ou se rezon fyète pa nou an.
2CO 1:15 Epi premyèman, se te nan konfyans sila ke m te gen entansyon pou vin kote nou an, pou nou ta kapab resevwa yon benediksyon doub.
2CO 1:16 Sa vle di, pou pase kote nou nan antre Macédoine, e osi nan soti Macédoine pou m vin kote nou, pou nou ta kapab ede m nan vwayaj mwen pou rive Judée.
2CO 1:17 Konsa, èske m te varye lè m te fè nou konnen entansyon sa a? Oswa sa ke m te propoze a, èske m te propoze li selon lachè? Konsa, li ta sanble wi e non ansanm k ap di nan menm lè a?
2CO 1:18 Men jan Bondye fidèl la, pawòl nou anvè ou menm se pa wi avèk non ansanm.
2CO 1:19 Paske Fis Bondye a, Kris Jésus, ki te preche pami nou an, pa nou menm—mwen, Silvain, ak Timothée—pa t di wi e non, men te gen wi sèlman nan Li menm.
2CO 1:20 Paske malgre fòs kantite pwomès Bondye yo konn bay, nan Li menm, pwomès yo se “wi”; konsa tou, pa Li menm tou, nou di “Amèn” pou laglwa Bondye atravè nou menm.
2CO 1:21 Koulye a, Sila ki etabli nou avèk ou menm an Kris la, epi ki te onksyone nou an, se Bondye.
2CO 1:22 Se Li ki te mete so Li sou nou e te bannou Lespri a nan kè nou kòm yon pwomès.
2CO 1:23 Men mwen rele Bondye kòm temwen nanm mwen, ke se sèl pou m fè nou gras, m pa t vin Corinthe ankò.
2CO 1:24 Se pa ke nou menm ta domine fwa pa nou, men se ouvriye nou ye ansanm avèk ou pou lajwa ou. Paske nan lafwa a, ou deja kanpe fèm.
2CO 2:1 Men mwen te deside sa pou koz pa mwen, pou mwen pa ta vin kote nou menm nan tristès ankò.
2CO 2:2 Paske si m fè nou tris, kilès k ap fè m kontan, sof ke sila ke m te fè tris la.
2CO 2:3 Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout.
2CO 2:4 Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an.
2CO 2:5 Men si yon moun fè nou tris, se pa mwen li fè tris la, men, nan yon sèten sans, (jis pou m pa di twòp) a nou tout.
2CO 2:6 Sifi pou yon moun konsa se pinisyon ki te enpoze pa majorite a.
2CO 2:7 Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit.
2CO 2:8 Pou sa, mwen ankouraje nou pou fè l konnen ankò, lanmou nou gen anvè li a.
2CO 2:9 Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou obeyisan nan tout bagay.
2CO 2:10 Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou nan prezans a Kris la
2CO 2:11 pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske nou pa inyoran de manèv li yo.
2CO 2:12 Alò, lè m te vini Troas pou levanjil a Kris la, e lè yon pòt te vin ouvri pou mwen nan Senyè a,
2CO 2:13 mwen pa t gen repo nan lespri mwen, akoz mwen pa t twouve Tite, frè mwen an. Konsa, mwen te kite yo, pou mwen te kontinye vè Macédoine.
2CO 2:14 Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote.
2CO 2:15 Paske nou se odè santi bon a Kris la vè Bondye pami sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo.
2CO 2:16 Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo?
2CO 2:17 Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men nan senserite, devan zye Bondye, nou pale nan Kris.
2CO 3:1 Èske n ap kòmanse bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm?
2CO 3:2 Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun.
2CO 3:3 Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou tablèt kè lòm.
2CO 3:4 Yon konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye.
2CO 3:5 Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men fòs nou an soti nan Bondye.
2CO 3:6 Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon akò tounèf, pa selon lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
2CO 3:7 Men si zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese,
2CO 3:8 kòman zèv Lespri a p ap vin pi fò avèk laglwa a?
2CO 3:9 Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa?
2CO 3:10 Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la.
2CO 3:11 Paske si sa ki disparèt la te avèk glwa, bokou plis sa ki rete a gen glwa.
2CO 3:12 Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo.
2CO 3:13 Se pa tankou Moïse ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la.
2CO 3:14 Men tèt yo te vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve.
2CO 3:15 Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo.
2CO 3:16 Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti.
2CO 3:17 Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète.
2CO 3:18 Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.
2CO 4:1 Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje.
2CO 4:2 Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.
2CO 4:3 Men si levanjil nou an vwale, li vwale pou sila k ap peri yo.
2CO 4:4 Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.
2CO 4:5 Paske nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus.
2CO 4:6 Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.
2CO 4:7 Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm.
2CO 4:8 Nou aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa,
2CO 4:9 pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi.
2CO 4:10 Nou toujou ap pote nan kò a, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou.
2CO 4:11 Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an.
2CO 4:12 Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan ou.
2CO 4:13 Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: “Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale;
2CO 4:14 avèk konesans ke Sila ki te leve Senyè a Jésus va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm.
2CO 4:15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.
2CO 4:16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou.
2CO 4:17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon,
2CO 4:18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
2CO 5:1 Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la.
2CO 5:2 Paske vrèman, nan kay sila a, nou plenyen avèk lanvi pou nou abiye nou ak kay nou ki nan syèl la;
2CO 5:3 kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò.
2CO 5:4 Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl.
2CO 5:5 Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.
2CO 5:6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a,
2CO 5:7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè.
2CO 5:8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a.
2CO 5:9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi.
2CO 5:10 Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.
2CO 5:11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou.
2CO 5:12 Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè.
2CO 5:13 Paske si nou vin debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm.
2CO 5:14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri.
2CO 5:15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.
2CO 5:16 Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò.
2CO 5:17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.
2CO 5:18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an.
2CO 5:19 Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.
2CO 5:20 Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.
2CO 5:21 Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.
2CO 6:1 Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.
2CO 6:2 Paske Li di: “Nan tan akseptab la Mwen te koute nou, e nan jou sali a Mwen te ede nou”. Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”.
2CO 6:3 Konsa,Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li.
2CO 6:4 Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nananpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès
2CO 6:5 nan pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi nan grangou
2CO 6:6 nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan Lespri Sen an, nan vre lanmou an
2CO 6:7 nan pawòl verite a, nan pwisans Bondye a; ak zam ladwati pou men dwat ak men goch yo,
2CO 6:8 pa laglwa ak wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a;
2CO 6:9 kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò,
2CO 6:10 kòm plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.
2CO 6:11 Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj.
2CO 6:12 Nou pa anpeche nou, men ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w.
2CO 6:13 Koulye a, nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou.
2CO 6:14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb?
2CO 6:15 Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan?
2CO 6:16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.”
2CO 6:17 Konsa, “‘Soti nan mitan yo, e separe de yo’, di Senyè a. ‘Pa touche sa ki enpi. Mwen va akeyi nou.
2CO 6:18 Mwen va yon Papa pou nou, e nou va fis ak fi pou Mwen,’ di Senyè Tou Pwisan an.”
2CO 7:1 Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.
2CO 7:2 Fè espas pou nou nan kè nou. Nou pa t fè pèsòn mal. Nou pa t fè pèsòn vin konwonpi, ni nou pa t pran avantaj sou okenn moun.
2CO 7:3 Mwen pa pale pou kondane nou, paske Mwen te di avan sa, nou nan kè nou jis nou rive mouri ansanm e viv ansanm.
2CO 7:4 Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.
2CO 7:5 Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te aflije toupatou: konfli deyò, laperèz anndan.
2CO 7:6 Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an.
2CO 7:7 Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.
2CO 7:8 Paske malgre ke m te koze tristès pa lèt mwen an, mwen pa regrèt sa; sepandan mwen te regrèt li. Paske mwen wè ke lèt sa a te koze tristès nou, malgre sèlman pou yon ti tan.
2CO 7:9 Koulye a, mwen rejwi, pa paske mwen te fè nou tris, men ke nou te vin tris jis pou mennen nou a larepantans. Paske mwen te fè nou tris selon volonte Bondye, jis pou nou pa ta soufri pèt nan okenn bagay akoz nou menm.
2CO 7:10 Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.
2CO 7:11 Paske gade byen avèk ki senserite menm bagay sa a, tristès sa ki sòti nan Bondye a, te vin prodwi nan nou. Kèl jistifikasyon pou nou menm, kèl endiyasyon, kèl krent, kèl dezi, kèl zèl, kèl retribisyon kont lemal. Nan tout bagay nou te montre a tèt nou, nou inosan nan zafè sila a.
2CO 7:12 Donk, malgre m te ekri nou, se pa t pou koz a sila ki te fè ofans lan, ni pou koz a sila ki te donmaje a, men pou Bondye ta kapab konfime nan ou senserite ou anvè nou menm.
2CO 7:13 Pou rezon sa a, nou te rekonfòte. Epi anplis de rekonfò nou, nou te rejwi menm plis pou lajwa a Tite, paske lespri li te vin rafrechi pa nou tout.
2CO 7:14 Paske si nan yon bagay mwen te fè nou konpliman a li menm, nou pa t fè m wont. Men menm jan ke nou te pale tout bagay anverite a nou menm nan, menm jan an osi tout konpliman nou te pale Tite de nou te vin fè prèv ke se te verite.
2CO 7:15 Afeksyon Li anvè nou ap vin plis toujou lè li sonje obeyisans nou tout, jan nou te resevwa li avèk lakrent e avèk tranbleman.
2CO 7:16 Mwen rejwi ke nan tout bagay mwen gen konfyans nan nou.
2CO 8:1 Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo.
2CO 8:2 Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin richès nan jenewozite yo.
2CO 8:3 Paske mwen temwaye ke selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo.
2CO 8:4 Yo t ap byen plede avèk nou avèk anpil ankourajman, pou favè pran pa nan soutyen a fidèl yo.
2CO 8:5 Epi sa menm, se pa jan nou te prevwa a, men yo te dabò bay tèt yo a Senyè a, e a nou menm selon volonte Bondye.
2CO 8:6 Donk, nou te ankouraje Tite ke, jan li te kòmanse oparavan an, pou li ta osi konplete nan nou zèv gras sila a.
2CO 8:7 Men menm jan nou toujou fè ekselans ki depase nan tout bagay, nan lafwa, nan langaj, nan konesans, nan zèl, ak nan lanmou ke nou te enspire nan ou an, gade ke ou depase osi nan zèv lagras sila a.
2CO 8:8 Mwen p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou.
2CO 8:9 Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.
2CO 8:10 Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l.
2CO 8:11 Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou.
2CO 8:12 Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.
2CO 8:13 Paske sa se pa pou fè lòt yo alèz, pandan nou pote gwo chaj, men pou gen egalite.
2CO 8:14 Nan tan prezan sila, abondans nou la pou satisfè bezwen pa yo, pouke abondans pa yo osi kapab vin yon sous pou bezwen pa nou, pouke kapab gen egalite.
2CO 8:15 Jan sa ekri a: “Sila ki te ranmase anpil la, pa t gen depase, e sila ki te ranmase piti a pa t manke.”
2CO 8:16 Men gras a Bondye ki mete menm zèl la pou nou nan kè Tite la.
2CO 8:17 Paske li pa t sèlman aksepte apèl nou, men akoz li te trè zele, li te vin kote nou ak pwòp volonte li.
2CO 8:18 Epi nou te voye avèk li frè a ki gen bon repitasyon nan bagay levanjil ki te gaye pami tout legliz yo.
2CO 8:19 Epi se pa sèlman sa, men li te osi chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou.
2CO 8:20 N ap pran prekosyon pou pèsòn pa vin denigre administrasyon nou nan kado jenewozite sila a.
2CO 8:21 Paske nou respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm.
2CO 8:22 Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm.
2CO 8:23 Tankou pou Tite, li se asosye e ouvriye parèy mwen pami nou. Tankou pou frè nou yo, yo se mesaje a legliz yo, yon glwa pou Kris la.
2CO 8:24 Konsa, piblikman devan legliz yo, montre yo prèv lanmou nou ak rezon pou gen fyète de nou.
2CO 9:1 Paske se pa nesesè pou m ta ekri nou sou ministè sa a pou sen yo,
2CO 9:2 paske mwen konnen volonte nou. Pou sa menm, mwen fè nou konpliman devan pèp Macédoine lan, anfèt ke Achaïe te deja prepare depi ane pase, e ke zèl nou te eksite pifò nan yo.
2CO 9:3 Men mwen te voye frè yo, pouke konpliman nou an pa ta fèt nan vid nan ka sa a, pouke jan mwen t ap di a, nou kapab byen prepare.
2CO 9:4 Pou si li pa t fèt , epi nenpòt nan Masedonyen yo ta parèt avè m, nou pa t ap desi (ak ou menm tou) e soufri wont akoz sa ki te anvizaje.
2CO 9:5 Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.
2CO 9:6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans.
2CO 9:7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa.
2CO 9:8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.
2CO 9:9 Jan sa ekri a: “Li te gaye toupatou. Li te bay a malere yo. Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
2CO 9:10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an.
2CO 9:11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.
2CO 9:12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi bezwen a sen yo, men va osi pou debòde atravè anpil remèsiman a Bondye.
2CO 9:13 Akoz de prèv ki te bay pa ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo.
2CO 9:14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay.
2CO 9:15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.
2CO 10:1 Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan!
2CO 10:2 Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè.
2CO 10:3 Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa fè lagè selon lachè,
2CO 10:4 paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo.
2CO 10:5 N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la.
2CO 10:6 Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè obeyisans nou an fin ranpli.
2CO 10:7 Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la nou menm osi, nou nan Li.
2CO 10:8 Paske menm si m ta vante tèt mwen yon ti kras anplis pou otorite nou ke Senyè a te bay pou bati nou menm e pa pou detwi nou, mwen p ap wont.
2CO 10:9 Paske mwen pa vle li sanble ke m ta entimide nou pa lèt mwen yo.
2CO 10:10 Paske, yo di: “Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e jan li pale vrèman meprizab.”
2CO 10:11 Kite yon moun konsa konsidere sa; ke sa nou ye nan lèt nou yo lè nou absan, se menm moun nan ke nou ye nan aksyon lè nou la.
2CO 10:12 Paske nou p ap tante sèvi kouraj nou pou konpare oswa klase nou menm avèk kèk nan sila ki rekòmande tèt yo. Men lè yo mezire tèt yo ak yo menm e konpare tèt yo avèk yo menm, yo san konprann.
2CO 10:13 Men nou p ap vante tèt nou plis ke mezi nou, men nan domèn kote Bondye te chwazi nou kòm yon mezi, pou menm rive kote nou ye a.
2CO 10:14 Paske nou p ap lonje depase kapasite nou menm, kòmsi li pa t rive bò kote nou, paske nou te premye pou vini jis rive kote ou nan levanjil Kris la.
2CO 10:15 Nou p ap vante tèt nou depase mezi pa nou, kòmsi, nan zèv a lòt moun, men avèk espwa ke pandan lafwa nou ap grandi, nou va, nan mezi nou, agrandi menm plis akoz nou menm.
2CO 10:16 Konsa nou ka preche levanjil menm nan zòn pi lwen nou yo, e pa vante tèt nou nan travay ki te fèt nan landwa a yon lòt.
2CO 10:17 Men “Sila k ap vante tèt li a, kite li vante tèt li nan Senyè a.”
2CO 10:18 Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se sila ki rekòmande pa Bondye a.
2CO 11:1 Mwen swete ke nou ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja.
2CO 11:2 Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach.
2CO 11:3 Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la.
2CO 11:4 Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa.
2CO 11:5 Paske mwen pa konsidere tèt mwen kòm enferyè a pi gran apot yo.
2CO 11:6 Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay.
2CO 11:7 Oubyen èske mwen te fè yon peche lè m te aksepte imilye tèt mwen pou nou menm ta kapab egzalte, paske m te preche levanjil Bondye a nou menm san frè?
2CO 11:8 Okontrè, mwen te vòlè lòt legliz yo lè m te pran kòb soutyen an nan men yo pou sèvi nou.
2CO 11:9 Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la.
2CO 11:10 Jan verite Kris la nan mwen an vante tèt mwen an p ap tèmine fèt nan zòn Achaïe yo.
2CO 11:11 Poukisa? Paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen ke m renmen nou!
2CO 11:12 Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo.
2CO 11:13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo.
2CO 11:14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè.
2CO 11:15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.
2CO 11:16 Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti.
2CO 11:17 Sa m ap di a, mwen p ap di li jan Senyè a ta pale, men yon jan fou, konsi, m ap vante tèt mwen.
2CO 11:18 Akoz ke anpil moun vante tèt yo selon lachè, mwen va vante tèt mwen konsa tou.
2CO 11:19 Men nou menm ki tèlman saj, tolere foli a avèk kè kontan.
2CO 11:20 Paske nou tolere li si yon moun fè nou esklav, si yon moun devore nou, si yon moun pran avantaj de nou, si yon moun egzalte tèt li, menm si yon moun bannou kou nan figi.
2CO 11:21 Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an.
2CO 11:22 Èske se Ebre yo ye? Mwen menm tou, mwen Ebre. Èske se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou, mwen se Izrayelit. Èske se desandan Abraham yo ye? Mwen menm tou.
2CO 11:23 Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, plis nan travay, bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò.
2CO 11:24 Senk fwa mwen te resevwa nan men Jwif yo trant-nèf kout fwèt.
2CO 11:25 Twa fwa mwen te bat avèk baton, yon fwa mwen te lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè.
2CO 11:26 Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, e danje pami fo frè yo.
2CO 11:27 Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan san manje, nan fredi e san rad.
2CO 11:28 Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou tout legliz yo.
2CO 11:29 Kilès ki vin fèb, san m pa fèb tou? Kilès ki lage nan peche, san gwo sousi mwen.
2CO 11:30 Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a feblès mwen.
2CO 11:31 Bondye e Papa a Senyè a Jésus Li menm ki beni pou tout tan an, konnen ke m p ap bay manti.
2CO 11:32 Nan Damas gouvènè anba Arétas, wa a t ap veye vil moun Damas yo pou l te kapab sezi mwen.
2CO 11:33 Se konsa mwen te kite lòt moun desann mwen nan yon panyen pa fenèt nan mi an, e se konsa m te chape nan men li.
2CO 12:1 Vante tèt pa bon, men malgre ke li pa gen pwofi, kite m rive nan vizyon ak revelasyon Senyè a.
2CO 12:2 Mwen konnen yon nonm an Kris, ki katòzan pase—-si se te nan kò li, m pa konnen, oubyen si se pa t nan kò li, m pa konnen, Bondye konnen——yon nonm konsa te monte nan twazyèm syèl la.
2CO 12:3 Epi mwen konnen jan yon nonm konsa——si se nan kò li oubyen apa de kò li, mwen pa konnen (Bondye konnen),
2CO 12:4 jan li te rale anwo nan Paradi e li te tande pawòl ki pa t kapab eksprime, ke yon nonm pa gen pèmisyon pou l pale.
2CO 12:5 Pou yon nonm konsa ak eksperyans li yo, mwen va anfle; men pou mwen, mwen p ap anfle, eksepte nan sa ki gade a feblès mwen.
2CO 12:6 Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen.
2CO 12:7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen.
2CO 12:8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen.
2CO 12:9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
2CO 12:10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.
2CO 12:11 Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre mwen menm, mwen pa anyen.
2CO 12:12 Sign a yon vre apot te fèt pami nou avèk tout pèseverans, pa sign, mèvèy ansanm ak mirak yo.
2CO 12:13 Paske nan ki sans nou te trete kòm enferyè a rès legliz yo, eksepte mwen menm, m pa t vin yon chaj pou nou? Padone mwen pou mal sa a.
2CO 12:14 Sa fè pou yon twazyèm fwa ke m prè pou vin kote nou, e mwen p ap yon chaj pou nou; paske mwen p ap chèche sa ke nou posede, men kè nou menm. Paske se pa timoun yo ki responsab pou ekonomize pou paran yo, men paran yo pou timoun yo.
2CO 12:15 Mwen va avèk kè kontan depanse e konsakre m pou nanm nou. Si m renmen nou plis konsa, èske nou dwe renmen m mwens?
2CO 12:16 Men malgre jan sa kapab ye a mwen menm, mwen pa t mete chaj tèt mwen bannou. Sepandan, nonm malen ke mwen ye, mwen te vin pran nou pa riz.
2CO 12:17 Éske mwen te pran avantaj sou nou, swa fè kòb sou nou atravè okenn nan sila ke mwen te voye bannou yo?
2CO 12:18 Mwen te ankouraje Tite pou ale, e mwen te voye frè a avèk li. Éske Tite te pran okenn avantaj sou nou? Èske nou pa t kondwi tèt nou nan menm lespri a e mache sou menm pa yo?
2CO 12:19 Èske ou kwè ke n ap sèlman fè eskiz pwòp tèt nou devan nou menm. Anverite se te devan zye Bondye ke nou pale an Kris la. Men nou fè tout sa pou edifikasyon nou, byeneme yo.
2CO 12:20 Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj.
2CO 12:21 Mwen pè ke lè m vini ankò pou Bondye mwen an pa rabese m devan nou, e pou mwen pa gen tristès pou anpil nan sila ki te peche nan tan pase yo e ki pa t repanti de salte, imoralite, ak sansyalite ke yo te fè yo.
2CO 13:1 Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. “Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.”
2CO 13:2 Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap epagne pèsòn.
2CO 13:3 Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men byen pwisan nan nou.
2CO 13:4 Paske malgre Li te krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.
2CO 13:5 Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la?
2CO 13:6 Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.
2CO 13:7 Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve.
2CO 13:8 Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a.
2CO 13:9 Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab vin konplè.
2CO 13:10 Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.
2CO 13:11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.
2CO 13:12 Salye youn lòt avèk yon beze ki sen.
2CO 13:13 Tout sen yo salye nou.
2CO 13:14 Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.
GAL 1:1 Mwen, Paul, yon apot ki pa t voye pa lèzòm, ni pa okenn ajans lòm, men pa Jésus Kri, ak Bondye Papa a, ki te fè L leve soti nan lanmò—
GAL 1:2 ak tout frè ki avèk mwen yo; a tout legliz nan Galatie yo:
GAL 1:3 Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri,
GAL 1:4 ki te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte Bondye ak Papa nou an.
GAL 1:5 A li menm laglwa pou tout tan. Amen.
GAL 1:6 Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou yon lòt levanjil;
GAL 1:7 ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la.
GAL 1:8 Men menmsi nou menm, oubyen yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen.
GAL 1:9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.
GAL 1:10 Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon sèvitè a Kris la.
GAL 1:11 Paske mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm.
GAL 1:12 Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon revelasyon a Jésus Kri.
GAL 1:13 Paske, nou konn tande listwa a fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li.
GAL 1:14 Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou tradisyon zansèt mwen yo.
GAL 1:15 Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e te rele mwen selon gras Li a, te kontan
GAL 1:16 pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san.
GAL 1:17 Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas.
GAL 1:18 Answit twaz an pita, mwen te monte Jérusalem pou fè konesans ak Céphas, e te rete avèk li pandan kenz jou.
GAL 1:19 Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte Jacques, frè a Senyè a.
GAL 1:20 (Alò, nan sa ke m ap ekri nou an, mwen bannou asirans devan Bondye ke mwen p ap bay manti.)
GAL 1:21 Konsa mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie.
GAL 1:22 Mwen te toujou enkoni devan zye a legliz Judée ki te an Kris yo,
GAL 1:23 men sèlman, yo te kontinye tande: “Sila ki te konn pèsekite nou an koulye a ap preche lafwa ke avan li te eseye detwi a.”
GAL 1:24 Konsa, yo t ap bay Bondye glwa akoz de mwen menm.
GAL 2:1 Answit, apre yon espas katòz ane mwen te monte ankò Jérusalem avèk Barnabas, e mwen te pran Tite osi.
GAL 2:2 Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven.
GAL 2:3 Men pa menm Tite ki te avèk mwen an, malgre li te yon Grèk, pa t oblije sikonsi.
GAL 2:4 Men se te akoz de fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj.
GAL 2:5 Men nou pa t soumèt a yo menm pandan menm yon moman, pou verite levanjil la ta kapab rete avèk nou tout.
GAL 2:6 Men de sila ki te gen gwo repitasyon yo—sa yo te ye pa gen enpòtans pou mwen; Bondye pa nan patipri—byen, sila ki te gen repitasyon yo pa t ogmante anyen anplis pou mwen.
GAL 2:7 Men okontrè, yo te wè ke levanjil la te konfye a mwen menm pou ensikonsi yo, menm jan ke li te konfye a Pierre pou sikonsi yo.
GAL 2:8 Paske Sila ki te an reyalite travay atravè Pierre kòm apot pou sikonsi yo, te an reyalite travay atravè mwen menm tou anvè pèp etranje yo.
GAL 2:9 Konsa, ak rekonesans gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo.
GAL 2:10 Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.
GAL 2:11 Men lè Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane.
GAL 2:12 Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn manje avèk pèp etranje yo. Men lè yo te vini, li te kòmanse fè bak pou rete a leka, akoz lakrent pati sikonsizyon an.
GAL 2:13 Rès Jwif yo te vin jwenn avè l nan ipokrizi a, avèk rezilta ke menm Barnabas te pote ale pa ipokrizi yo a.
GAL 2:14 Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: “Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?
GAL 2:15 Nou menm ki se Jwif pa lanati e pa pechè ki sòti pami pèp etranje yo,
GAL 2:16 sepandan, nou konnen ke yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye.
GAL 2:17 Men si, pandan n ap chache jistifye nan Kris, nou menm osi jwenn nou kòm pechè, èske konsa Kris se yon sèvitè a peche? Ke sa pa janm fèt!
GAL 2:18 Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè.
GAL 2:19 Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye.
GAL 2:20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.
GAL 2:21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”
GAL 3:1 O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te piblikman prezante kòm krisifye a?
GAL 3:2 Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande avèk lafwa?
GAL 3:3 Èske nou si tèlman ensanse? Èske nou te kòmanse avèk Lespri a, epi koulye a nou ap vin pafè pa lachè?
GAL 3:4 Èske nou te soufri tout bagay sa yo anven—si vrèman se te anven?
GAL 3:5 Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te fè zèv mirak pami nou yo, te fè li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande ak lafwa.
GAL 3:6 Malgre sa “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou Li kòm ladwati.”
GAL 3:7 Konsa, se pou nou asire ke se sila ki nan lafwa yo ki se fis Abraham.
GAL 3:8 Lekriti sen an, ki te prevwa ke Bondye ta jistifye pèp etranje yo pa lafwa, te preche levanjil la davans a Abraham. Konsa, li te di: “Tout nasyon yo va beni nan ou”.
GAL 3:9 Alò sila ki nan lafwa yo, beni pa Abraham, kwayan an.
GAL 3:10 Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.”
GAL 3:11 Alò, li klè ke pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske “Moun jis la va viv pa lafwa”.
GAL 3:12 Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: “Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm.”
GAL 3:13 Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.”
GAL 3:14 Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou ta kapab resevwa pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.
GAL 3:15 Frè m yo mwen pale nan tèm relasyon moun ak moun; menm si se sèlman yon akò moun, depi li fin etabli, nanpwen moun k ap mete l sou kote oubyen ajoute kondisyon ladann.
GAL 3:16 Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: “E a posterite ou”, sa se Kris.
GAL 3:17 Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la.
GAL 3:18 Paske si eritaj la baze sou lalwa, li pa baze sou yon pwomès ankò; men Bondye te bay li a Abraham pa mwayen de yon pwomès.
GAL 3:19 Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la.
GAL 3:20 Alò yon medyatè pa pou yon sèl pati, tandiske Bondye se yon sèl.
GAL 3:21 Konsa, èske Lalwa a vin kont pwomès a Bondye yo. Ke sa pa ta janm fèt! Paske si te gen yon lwa ki ta kapab bay lavi, alò, ladwati ta vrèman baze sou Lalwa.
GAL 3:22 Men Lekriti sen an anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo.
GAL 3:23 Men avan lafwa te vini, nou te kenbe kòm yon depandan anba Lalwa, sans aksè a lafwa ki t ap vin revele pita.
GAL 3:24 Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, pou nou ta kapab jistifye pa lafwa.
GAL 3:25 Men koulye a, ke lafwa rive, nou pa anba yon pwofesè lekòl ankò.
GAL 3:26 Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus.
GAL 3:27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris.
GAL 3:28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus.
GAL 3:29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.
GAL 4:1 Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay,
GAL 4:2 men li anba gadyen ak sipèvizè yo jiska dat fikse pa papa a.
GAL 4:3 Menm jan an nou menm tou, lè nou te timoun, nou te kenbe an esklavaj anba prensip de baz a mond lan.
GAL 4:4 Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa
GAL 4:5 pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis.
GAL 4:6 Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!”
GAL 4:7 Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.
GAL 4:8 Sepandan, nan lè sa a, lè nou pa t konnen Bondye, nou te esklav a sila ki pa lanati pa t dye yo menm.
GAL 4:9 Men koulye a, akoz nou vin konnen Bondye, oubyen pito di vin konnen pa Li menm, kòman ke nou vire ankò a vye prensip de baz fèb yo, pou nou ta renmen vin esklav yo ankò?
GAL 4:10 Nou obsève jou yo, mwa yo, sezon ak lane yo.
GAL 4:11 Mwen gen lakrent pou nou pou petèt mwen te travay ak nou anven.
GAL 4:12 Mwen priye nou frè m yo, pou nou vin tankou mwen menm, paske mwen gen tan vin tankou nou. Nou pa t fè m okenn tò;
GAL 4:13 men nou konnen ke se te akoz yon maladi nan kò a ke m te preche levanjil la a nou menm nan premye fwa a.
GAL 4:14 Epi sa ki te yon traka pou nou nan kondisyon kò m nan, nou pa t ni meprize ni deteste nan mwen, men nou te resevwa mwen kòm yon zanj Bondye, kòm Kris Jésus Li menm.
GAL 4:15 Alò, kote sans benediksyon sa a gen tan ale la a? Paske mwen pran nou kòm temwen ke si te posib, nou t ap rache pwòp zye nou pou nou te ban mwen.
GAL 4:16 Èske konsa mwen vin lènmi nou akoz ke m di nou Verite a?
GAL 4:17 Yo chèche ou avèk zèl, pa pou bon rezon, men paske yo lanvi divize nou pou ou menm kapab al jwenn ak yo.
GAL 4:18 Men se toujou bon si nou gen zèl pou sa ki bon, e pa sèlman lè m la avè nou.
GAL 4:19 Pitit mwen yo, ak nou m ap fè doulè akouchman nou ankò, jiskaske Kris fòme nan nou—
GAL 4:20 Men mwen ta swete prezan avèk nou koulye a pou chanje jan mwen reflechi sou nou, paske mwen vin pa konprann nou.
GAL 4:21 Di mwen, nou menm ki vle anba Lalwa a, èske nou pa tande Lalwa a?
GAL 4:22 Paske li ekri ke Abraham te gen de fis youn pa fanm ki te esklav la, e youn pa fanm ki te lib la.
GAL 4:23 Men fis pa fanm ki te esklav la te fèt selon lachè, e fis a fanm ki te lib la te fèt selon pwomès la.
GAL 4:24 Sa se parabòl senbolik; de fanm sa yo se de akò. Youn te fèt nan Mòn Sinaï k ap pote pitit ki va esklav yo; li menm se Agar.
GAL 4:25 Alò, Agar sa a se Mòn Sinaï an Arabie. Li koresponn a Jérusalem ki la jis koulye a, paske li nan esklavaj avèk pitit li yo.
GAL 4:26 Men Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout.
GAL 4:27 Paske sa ekri: “Rejwi, fanm esteril ki pa fè pitit; eklate ak kri lajwa, ou menm ki pa nan doulè pou fè timoun nan: paske pitit a sila ki aflije a plis an kantite pase sila ki gen mari a.”
GAL 4:28 Epi nou menm, frè m yo, kòm Isaac, nou se pitit a pwomès la.
GAL 4:29 Men menm jan nan tan sa a, sila ki te fèt selon lachè a te pèsekite sila ki te fèt selon Lespri a, se menm jan an koulye a.
GAL 4:30 Men kisa Lekriti Sen an di?: “Mete fanm esklav la deyò, avèk fis li a. Paske fis a fanm esklav la pa dwe yon eritye avèk fis a fanm lib la.”
GAL 4:31 Alò konsa, frè m yo, nou pa pitit a yon fanm esklav, men a yon fanm lib.
GAL 5:1 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
GAL 5:2 Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis.
GAL 5:3 Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou kenbe tout Lalwa a.
GAL 5:4 Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou tonbe kite lagras.
GAL 5:5 Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap tann esperans ladwati a.
GAL 5:6 Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
GAL 5:7 Nou t ap kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a?
GAL 5:8 Enfliyans sa a pa t sòti nan Sila ki te fè apèl de nou an.
GAL 5:9 Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve.
GAL 5:10 Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.
GAL 5:11 Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli.
GAL 5:12 Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta menm chatre pwòp kò yo.
GAL 5:13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt.
GAL 5:14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.”
GAL 5:15 Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.
GAL 5:16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo.
GAL 5:17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito.
GAL 5:18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa.
GAL 5:19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite
GAL 5:20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon
GAL 5:21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
GAL 5:22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite
GAL 5:23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
GAL 5:24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
GAL 5:25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a.
GAL 5:26 Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.
GAL 6:1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.
GAL 6:2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
GAL 6:3 Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li.
GAL 6:4 Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè.
GAL 6:5 Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.
GAL 6:6 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.
GAL 6:7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte.
GAL 6:8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl.
GAL 6:9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.
GAL 6:10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
GAL 6:11 Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou avèk pwòp men mwen.
GAL 6:12 Sila ki vle parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris.
GAL 6:13 Paske sila ki sikonsi yo pa menm kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou.
GAL 6:14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e mwen menm pou mond lan.
GAL 6:15 Paske nan Kris Jésus, sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf.
GAL 6:16 Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou Israël Bondye a.
GAL 6:17 Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m mak a Jésus yo.
GAL 6:18 Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.
EPH 1:1 Paul yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, a sen ki an Éphèse yo ki fidèl nan Jésus Kri:
EPH 1:2 Lagras pou nou ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a, Jésus Kri.
EPH 1:3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo.
EPH 1:4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li,
EPH 1:5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li.
EPH 1:6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.
EPH 1:7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li,
EPH 1:8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans,
EPH 1:9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan,
EPH 1:10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm
EPH 1:11 nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li,
EPH 1:12 afenke nou menm ki te premye espere nan Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li.
EPH 1:13 Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te sele nan Li menm avèk Lespri Sen a pwomès la,
EPH 1:14 ki bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li.
EPH 1:15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo,
EPH 1:16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè
EPH 1:17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm.
EPH 1:18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo.
EPH 1:19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a.
EPH 1:20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo,
EPH 1:21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an.
EPH 1:22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la,
EPH 1:23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.
EPH 2:1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo.
EPH 2:2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo.
EPH 2:3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo.
EPH 2:4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an,
EPH 2:5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.
EPH 2:6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus,
EPH 2:7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri.
EPH 2:8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a.
EPH 2:9 Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li.
EPH 2:10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
EPH 2:11 Konsa, sonje, ke oparavan, nou menm, pèp etranje nan lachè yo, ki rele “Ensikonsi” pa sila ki rele pwòp tèt yo “Sikonsi” yo, ki fèt nan lachè pa men a lòm,
EPH 2:12 sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan.
EPH 2:13 Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la.
EPH 2:14 Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an,
EPH 2:15 lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè.
EPH 2:16 Konsa, Li ta kapab rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò.
EPH 2:17 “Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.”
EPH 2:18 Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan yon sèl Lespri a Papa a.
EPH 2:19 Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a,
EPH 2:20 ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm wòch la ki fòme ang prensipal la.
EPH 2:21 Nan Li menm tout kay la bati ansanm, epi ap grandi pou devni yon tanp ki sen nan Senyè a.
EPH 2:22 Nan Li menm, nou osi ap vin bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete.
EPH 3:1 Pou rezon sa a, mwen, Paul prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo,
EPH 3:2 si vrèman nou te tande de jerans a gras Bondye ke mwen te resevwa pou livre bay nou an,
EPH 3:3 ke pa revelasyon mwen te vin konnen mistè a, sou ki mwen te deja ekri kèk mo a.
EPH 3:4 Pa referans a sa, lè nou li, nou kapab konprann konesans mwen nan mistè a Kris la,
EPH 3:5 ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a.
EPH 3:6 Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.
EPH 3:7 Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a.
EPH 3:8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo.
EPH 3:9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo.
EPH 3:10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo.
EPH 3:11 Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an.
EPH 3:12 Nan Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans.
EPH 3:13 Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pasepou nou yo, paske yo se glwa nou.
EPH 3:14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris.
EPH 3:15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo,
EPH 3:16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan.
EPH 3:17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou,
EPH 3:18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a,
EPH 3:19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.
EPH 3:20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an,
EPH 3:21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
EPH 4:1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an,
EPH 4:2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou,
EPH 4:3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.
EPH 4:4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an;
EPH 4:5 yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm,
EPH 4:6 yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.
EPH 4:7 Men a nou chak, gras te vin bay selon mezi don a Kris la.
EPH 4:8 Konsa sa ekri: “Lè Li te monte anlè, Li te mennen kon kaptif, kaptivite a menm, e Li te bay don a lèzòm.”
EPH 4:9 Alò, fraz sila a, “Li te monte”, kisa sa vle di eksepte ke Li osi te desann anba nan pati ki pi fon nan latè a?
EPH 4:10 Sila ki te desann nan se Li menm tou ki te monte bokou pi wo pase tout syèl yo, pou Li ta kapab akonpli tout bagay.
EPH 4:11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè,
EPH 4:12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la,
EPH 4:13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la.
EPH 4:14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon;
EPH 4:15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm.
EPH 4:16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
EPH 4:17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo,
EPH 4:18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di.
EPH 4:19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras.
EPH 4:20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a,
EPH 4:21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus.
EPH 4:22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo,
EPH 4:23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou,
EPH 4:24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.
EPH 4:25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.
EPH 4:26 “Fè fache, e malgre sa pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a,
EPH 4:27 epi pa bay Dyab la opòtinite.
EPH 4:28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.
EPH 4:29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.
EPH 4:30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an.
EPH 4:31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans.
EPH 4:32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
EPH 5:1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme.
EPH 5:2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
EPH 5:3 Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo.
EPH 5:4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.
EPH 5:5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.
EPH 5:6 Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo.
EPH 5:7 Konsa, pa vin yon pati ak yo.
EPH 5:8 Paske avan sa nou te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè.
EPH 5:9 Paske fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite,
EPH 5:10 ki fè prèv de sa k ap fè Senyè a plezi.
EPH 5:11 Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo.
EPH 5:12 Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm.
EPH 5:13 Men tout bagay vin vizib lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè.
EPH 5:14 Pou rezon sa a Li di: “Leve, sila k ap dòmi an, Leve sòti nan lanmò E Kris va klere sou ou.”
EPH 5:15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj.
EPH 5:16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move.
EPH 5:17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.
EPH 5:18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a.
EPH 5:19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a.
EPH 5:20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,
EPH 5:21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.
EPH 5:22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a.
EPH 5:23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a.
EPH 5:24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
EPH 5:25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li,
EPH 5:26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la.
EPH 5:27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot.
EPH 5:28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li.
EPH 5:29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la.
EPH 5:30 Paske nou se manm a kò Li.
EPH 5:31 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.”
EPH 5:32 Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la.
EPH 5:33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.
EPH 6:1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon.
EPH 6:2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès;
EPH 6:3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
EPH 6:4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
EPH 6:5 Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm,
EPH 6:6 pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a.
EPH 6:7 Avèk bòn volonte, rann sèvis tankou a Senyè a, e pa a lòm
EPH 6:8 nan konesans ke nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.
EPH 6:9 Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.
EPH 6:10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.
EPH 6:11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo.
EPH 6:12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo.
EPH 6:13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.
EPH 6:14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a.
EPH 6:15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a,
EPH 6:16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an.
EPH 6:17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a.
EPH 6:18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.
EPH 6:19 Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la,
EPH 6:20 pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
EPH 6:21 Men pou nou menm osi kapab konnen sikonstans mwen yo, jan mwen ye, Tychique, frè byeneme e sèvitè fidèl nan Senyè a, va fè nou konnen tout bagay.
EPH 6:22 Mwen te voye li kote nou pou bi sa a menm, pou nou ta kapab konnen sikonstans nou menm, e pou Li ta kapab rekonfòte kè nou.
EPH 6:23 Lapè avèk frè nou yo, e lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri.
EPH 6:24 Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.
PHI 1:1 Paul ak Timothée, sèvitè-atache nèt a Jésus Kri yo, a tout fidèl ki nan Kris Jésus ki nan vil Philippe yo, menm avèk dirijan legliz ak dyak yo tou:
PHI 1:2 Lagras pou nou, ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a Jésus Kri.
PHI 1:3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou.
PHI 1:4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout,
PHI 1:5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a.
PHI 1:6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.
PHI 1:7 Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m.
PHI 1:8 Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.
PHI 1:9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman.
PHI 1:10 Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la;
PHI 1:11 Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.
PHI 1:12 Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la.
PHI 1:13 Paske anprizonman mwen pou koz a Kris la vin konnen toupatou nan tout gad palè a e pa tout lòt moun yo.
PHI 1:14 Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent.
PHI 1:15 Asireman kèk nan yo menm ap preche Kris avèk lanvi ak konfli, men kèk tou ap preche l avèk senserite.
PHI 1:16 Dènye nan sa yo, fè l avèk lanmou, paske yo konnen ke m te chwazi pou defans a levanjil la.
PHI 1:17 Premye sa yo pwoklame Kris avèk anbisyon pèsonèl, olye santiman de bon kè, akoz yo panse ke sa ka fè m chagren nan anprizonman mwen an.
PHI 1:18 Alò, kisa? Sèlman nan chak ka, kit se nan pretèks kit se nan verite, Kris la pwoklame. E se nan sa mwen rejwi mwen. Wi, mwen va rejwi mwen.
PHI 1:19 Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a.
PHI 1:20 Selon volonte sensè ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris va menm koulye a, kòm toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò.
PHI 1:21 Paske pou mwen menm viv se Kris e mouri se avantaj.
PHI 1:22 Men si mwen viv toujou nan lachè, sa va pote fwi pou travay mwen. Konsa, mwen pa menm konnen kilès pou m ta pito.
PHI 1:23 Men mwen santi presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil,
PHI 1:24 men pou m rete nan lachè a pi nesesè pou koz a nou menm.
PHI 1:25 Konvenk de sa, mwen konnen ke mwen va rete pou kontinye avèk nou tout, pou pwogrè ak lajwa nou nan lafwa.
PHI 1:26 Konsa konfyans fyète nou an nan mwen kapab vin debòde nan Jésus Kri lè mwen vin bò kote nou an ankò.
PHI 1:27 Sèlman, kondwi tèt nou nan yon fason ki dign de levanjil a Jésus Kri a, pou si mwen vini wè nou oubyen rete absan, mwen kapab tande ke nou kanpe fèm nan yon sèl espri, avèk yon sèl panse, nan lite ansanm pou lafwa a levanjil la,
PHI 1:28 san okenn perèz a lènmi nou yo, ki se yon sign destriksyon pou yo menm, men sali pou nou menm, e sa anplis, soti nan Bondye.
PHI 1:29 Paske, a nou menm li te vin pèmèt, pou koz a Kris la, non sèlman pou kwè nan Li, men osi pou soufri pou koz Li.
PHI 1:30 Konsa nou ap pase menm konfli entèn ke nou te wè m pase a, e koulye a tande k ap fèt nan mwen.
PHI 2:1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon,
PHI 2:2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi.
PHI 2:3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm.
PHI 2:4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
PHI 2:5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a
PHI 2:6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di,
PHI 2:7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm.
PHI 2:8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.
PHI 2:9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo,
PHI 2:10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo
PHI 2:11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.
PHI 2:12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman.
PHI 2:13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
PHI 2:14 Fè tout bagay san plenyen ni diskite.
PHI 2:15 Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan,
PHI 2:16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven.
PHI 2:17 Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon bwason k ap ofri kòm sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.
PHI 2:18 Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.
PHI 2:19 Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye.
PHI 2:20 Paske m pa gen okenn lòt moun ak yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou.
PHI 2:21 Paske yo tout chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a.
PHI 2:22 Men nou konnen prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li.
PHI 2:23 Konsa, mwen espere voye li kote nou imedyatman, depi mwen wè kijan tout bagay ale avèk mwen.
PHI 2:24 Men mwen gen konfyans mwen nan Senyè a ke mwen menm osi va vini toutalè.
PHI 2:25 Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen.
PHI 2:26 Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad.
PHI 2:27 Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès.
PHI 2:28 Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm.
PHI 2:29 Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e kenbe an wo estim moun tankou li,
PHI 2:30 paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.
PHI 3:1 Finalman, frè m yo rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.
PHI 3:2 Veye chen yo, veye ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an.
PHI 3:3 Paske nou menm se vre sikonsizyon an, ki adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè.
PHI 3:4 Byenke mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa:
PHI 3:5 sikonsi nan uityèm jou a, ne nan nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen;
PHI 3:6 kòm zele, yon pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot.
PHI 3:7 Men nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la.
PHI 3:8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.
PHI 3:9 E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a.
PHI 3:10 Pou mwen kapab konnen Li, ak pouvwa a rezirèksyon Li an, ak lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li,
PHI 3:11 pou m ta kapab rive menm nan rezirèksyon a lanmò a.
PHI 3:12 Se pa ke m rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.
PHI 3:13 Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an,
PHI 3:14 mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondyenan Kris Jésus a.
PHI 3:15 Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa Bondye va osi revele sa a nou.
PHI 3:16 Sepandan, nan menm fòs ke nou deja reyisi, annou kontinye viv pa menm prensip ke nou fin atenn deja a. Annou toujou gen menm panse.
PHI 3:17 Frè m yo vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon modèl ke nou gen nan nou an.
PHI 3:18 Paske anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi lakwa a Kris la,
PHI 3:19 ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo apeti yo, e ki gen pou glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo.
PHI 3:20 Paske pou nou menm sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri,
PHI 3:21 ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.
PHI 4:1 Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo.
PHI 4:2 Mwen ankouraje Évodie e mwen ankouraje Syntyche pou viv an amoni nan Senyè a.
PHI 4:3 Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen non yo nan liv lavi a.
PHI 4:4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou!
PHI 4:5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre.
PHI 4:6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.
PHI 4:7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
PHI 4:8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.
PHI 4:9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
PHI 4:10 Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon.
PHI 4:11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a.
PHI 4:12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen.
PHI 4:13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
PHI 4:14 Sepandan, nou te fè byen pou pataje avè m nan soufrans mwen an.
PHI 4:15 Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman.
PHI 4:16 Paske menm nan Théssalonique, nou te voye plis ke yon fwa yon don pou satisfè bezwen mwen yo.
PHI 4:17 Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou.
PHI 4:18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi.
PHI 4:19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
PHI 4:20 Koulye a, a Bondye nou an ak Papa a, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
PHI 4:21 Salye chak fidèl nan Kris Jésus a. Frè ki avè m yo salye nou.
PHI 4:22 Tout fidèl yo salye nou, sitou sila ki lakay César yo.
PHI 4:23 Ke lagras Senyè a Jésus Kri kapab avèk nou tout. Amen
COL 1:1 Paul, yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, ak Timothée, frè nou an
COL 1:2 A sen ak frè fidèl an Kris ki te Colosse yo: Gras pou nou, ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an.
COL 1:3 Nou bay remèsiman a Bondye Papa a Senyè nou an, Jésus Kri; pandan nou toujou ap priye pou nou.
COL 1:4 Paske nou te tande de lafwa nou nan Kris Jésus, ansanm ak lanmou ke nou gen pou tout fidèl yo;
COL 1:5 Akoz de lespwa ki rezève pou nou nan syèl la, jan nou te tande deja nan pawòl verite Levanjil la,
COL 1:6 ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a;
COL 1:7 menm jan ke nou te aprann de Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou,
COL 1:8 ki te osi enfòme nou de lanmou nou nan Lespri a.
COL 1:9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann,
COL 1:10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye,
COL 1:11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa,
COL 1:12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a.
COL 1:13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a.
COL 1:14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
COL 1:15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an.
COL 1:16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm.
COL 1:17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm.
COL 1:18 Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay.
COL 1:19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li,
COL 1:20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.
COL 1:21 Epi menmsi otrefwa, nou te etranje, e te lènmi nan jan nou te konn panse, ak angaje nan move zak,
COL 1:22 men koulye a Li rekonsilye nou nan kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li sen, san fot e san repwòch—
COL 1:23 Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.
COL 1:24 Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo.
COL 1:25 Sou legliz sila a mwen te fèt kòm yon sèvitè selon jesyon Bondye a, ki te plase sou mwen pou benefis pa nou, pou m ta kapab vin akonpli predikasyon pawòl Bondye a,
COL 1:26 ki se mistè ki te kache depi laj ak jenerasyon pase yo, men ki koulye a, manifeste a fidèl Li yo.
COL 1:27 A yo menm Bondye te gen volonte pou fè konnen kisa ki se richès laglwa a mistè sila a pami pèp etranje yo, ki se Kris nan nou, esperans laglwa a.
COL 1:28 Konsa nou pwoklame Li ak egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus.
COL 1:29 Pou rezon sila a osi, mwen travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.
COL 2:1 Paske mwen vle fè nou konnen jan lit la gran pou nou menm ansanm ak sila ki Laodicée yo, e menm pou tout sila ki pa t, pèsonèlman, wè figi mwen yo;
COL 2:2 pou kè pa yo kapab ankouraje, akoz ke yo vin trese ansanm nan lanmou an. Se konsa yo atenn tout richès ki sòti nan asirans konplè a bon konprann nan, ki pwodwi kòm rezilta, vre konesans mistè Bondye a, ki se Kris la, Li menm.
COL 2:3 Nan Li menm kache tout trezò sajès ak konesans yo.
COL 2:4 Mwen di sa pou pèsòn pa twonpe nou avèk diskou ki kab sedwi moun.
COL 2:5 Paske menm si mwen absan nan kò a, malgre sa mwen avèk nou nan Lespri a, epi m ap rejwi pou wè bon disiplin ak stabilite lafwa nou nan Kris la.
COL 2:6 Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li.
COL 2:7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.
COL 2:8 Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris.
COL 2:9 Paske nan Li menm tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik.
COL 2:10 Epi nan Li menm nou vin konplè nèt, paske se Li menm ki chèf an tèt sou tout wayòm ak otorite yo.
COL 2:11 Konsa, nan Li menm nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la.
COL 2:12 Nou te antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a.
COL 2:13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo.
COL 2:14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a.
COL 2:15 Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
COL 2:16 Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba.
COL 2:17 Bagay sila yo se lonbraj a sila ki dwe vini an; men vre sibstans lan apatyen a Kris.
COL 2:18 Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li,
COL 2:19 ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.
COL 2:20 Si nou te mouri avèk Kris a prensip de baz mond yo, poukisa, kòmsi nou t ap viv nan mond lan, nou soumèt nou a kalite dekrè konsa, kòm
COL 2:21 “Pa manyen, pa goute, pa touche!”
COL 2:22 (Ki tout fè referans a bagay ki fèt pou peri pandan y ap sèvi yo)—an akò avèk kòmandman ak enstriksyon a lòm yo?
COL 2:23 Bagay sa yo ki gen, asireman, aparans a sajès nan kwayans relijye ki fèt pou kont li, avèk imilyasyon de li menm, ak move tretman kò a, men ki pa gen okenn valè kont plezi lachè a.
COL 3:1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a.
COL 3:2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo.
COL 3:3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye.
COL 3:4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
COL 3:5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri.
COL 3:6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo.
COL 3:7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo.
COL 3:8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou.
COL 3:9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo,
COL 3:10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li.
COL 3:11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
COL 3:12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans;
COL 3:13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
COL 3:14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.
COL 3:15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.
COL 3:16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
COL 3:17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
COL 3:18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.
COL 3:19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
COL 3:20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
COL 3:21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
COL 3:22 Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a.
COL 3:23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm.
COL 3:24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.
COL 3:25 Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi sa, san patipri.
COL 4:1 Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.
COL 4:2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman.
COL 4:3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone,
COL 4:4 pou m kapab fè li klè nan fason ke m ta dwe pale a.
COL 4:5 Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an.
COL 4:6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
COL 4:7 Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou.
COL 4:8 Paske mwen gen tan voye li kote nou eksprè pou rezon sa a, pou nou kapab konnen sikonstans nou yo e pou li kapab ankouraje kè nou.
COL 4:9 Epi avèk li Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la.
COL 4:10 Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen).
COL 4:11 Anplis, Jésus ke yo rele Justus la. Sa yo se sèl ouvriye pou wayòm Bondye ki sòti nan sikonsizyon an, e yo te ankouraje mwen anpil.
COL 4:12 Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a.
COL 4:13 Paske mwen fè temwayaj li, ke li gen yon gwo sousi pou nou ak pou sila ki Laodicée ak Hiérapolis yo.
COL 4:14 Luc, doktè byeneme a, voye salitasyon li bannou, e Démas tou.
COL 4:15 Salye frè ki Laodicée yo e osi Nymphas ak legliz ki lakay li a.
COL 4:16 Lè lèt sa a li pami nou, kite yo li l osi nan legliz Lawodiseyen yo; e nou menm, pou pati pa nou li lèt mwen an k ap vini soti Laodicée a.
COL 4:17 Epi di Archippe, “Byen okipe èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”.
COL 4:18 Mwen, Paul, mwen ekri salitasyon sa a avèk pwòp men mwen. Sonje chenn mwen yo. Ke lagras avèk nou.
1TH 1:1 Paul, Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè.
1TH 1:2 Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo.
1TH 1:3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.
1TH 1:4 Nou konprann, frè byeneme pa Bondye yo, chwa Li menm de nou an.
1TH 1:5 Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.
1TH 1:6 Nou osi te devni imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk lajwa Lespri Sen an.
1TH 1:7 Konsa, nou te devni yon egzanp pou tout kwayan nan Macédoine ak nan Achaïe yo.
1TH 1:8 Paske pawòl a Senyè a te deklare soti nan nou menm, non sèlman nan Macédoine ak Achaïe, men osi chak kote ke lafwa nou anvè Bondye te vin konnen, pou nou pa bezwen di anyen.
1TH 1:9 Paske yo menm bay rapò de nou; sou jan ou te resevwa nou, ak jan nou te vire vè Bondye pou kite zidòl yo, pou sèvi yon Bondye vivan e vrè,
1TH 1:10 epi pou tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki delivre nou anba kòlè k ap vini an.
1TH 2:1 Paske nou menm konnen, frè m yo, ke aparans nou pami nou menm nan pa t anven.
1TH 2:2 Men apre nou te deja soufri e maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon.
1TH 2:3 Paske egzòtasyon nou an pa soti ni nan erè, ni nan salte, ni nan fason pou twonpe moun.
1TH 2:4 Men jis jan nou te vin apwouve pa Bondye a pou vin konfye nou levanjil la; alò nou pale, pa pou fè lòm plezi, men pou Bondye ki egzamine kè nou yo.
1TH 2:5 Paske nou pa t janm vini avèk pawòl k ap flate moun, jan nou konnen an, ni avèk yon pretèks pou fè lajan (Bondye se temwen)
1TH 2:6 ni nou pa t chache glwa ki sòti nan lòm, ni nan nou menm, ni nan lòt yo, menmsi kòm apot a Kris, nou ta dwe montre otorite nou.
1TH 2:7 Men nou te pwouve nou plen dousè pami nou, tankou yon manman nouris ki byen pran swen pwòp pitit li.
1TH 2:8 Avèk bon jan afeksyon ke nou te gen pou nou an, nou te byen kontan pataje non sèlman levanjil a Bondye a, men osi pwòp lavi nou, paske nou te devni trè chè a nou menm.
1TH 2:9 Paske nou sonje, frè yo travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a.
1TH 2:10 Nou se temwen, e Bondye osi de jan nou te konpòte ak devwe nou an, dwat e san fot anvè nou menm, kwayan yo.
1TH 2:11 Jis kon nou konnen jan nou t ap egzòte, ankouraje e plede ak nou chak, tankou yon papa ta dwe fè pwòp pitit li,
1TH 2:12 pou nou ta kab mache nan yon fason ki dign pou Bondye kap rele nou antre nan pwòp wayòm ak laglwa Li a.
1TH 2:13 Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.
1TH 2:14 Paske nou menm, frè m yo, nou te devni imitatè a legliz Bondye nan Kris Jésus ki an Judée yo. Konsa, nou te andire menm soufrans sa yo nan men a pwòp moun peyi parèy a nou yo, jan yo menm te andire l nan men a Jwif yo.
1TH 2:15 Sila ki te touye Senyè a Jésus ak pwofèt yo, e ki te fòse nou sòti yo. Yo p ap fè Bondye plezi, men yo se lènmi a tout moun.
1TH 2:16 Yo anpeche nou pale avèk etranje yo pou yo kapab sove. Kon rezilta yo toujou ranpli mezi peche pa yo. Men lakòlè gen tan vini sou yo pi rèd.
1TH 2:17 Men nou menm, frè yo, akoz ke nou te separe de nou pou yon ti tan—kòmsi an pèsòn, men pa an espri—nou tout te pi enpasyan ak lanvi pou wè figi nou.
1TH 2:18 Paske nou tout te vle vin kote nou—mwen menm, Paul, plis ke yon sèl fwa—e malgre sa, Satan te anpeche nou.
1TH 2:19 Paske kilès ki esperans nou, oubyen lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan moman retou Li a.
1TH 2:20 Paske nou se laglwa ak lajwa nou.
1TH 3:1 Konsa, lè nou pa t kapab andire l ankò, nou te panse ke li te pi bon pou yo kite nou dèyè nan Athènes sèl.
1TH 3:2 Konsa, nou te voye Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou,
1TH 3:3 pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke nou te destine pou sa.
1TH 3:4 Paske, vrèman, lè nou te avèk nou an, nou te konn ap di nou davans ke nou t ap pral soufri afliksyon yo, e se konsa li te vin pase, jan nou konnen an.
1TH 3:5 Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou travay nou an ta anven.
1TH 3:6 Men koulye a, ke Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a.
1TH 3:7 Pou rezon sa a, frè m yo, nan tout detrès ak afliksyon nou yo, nou te rekonfòte de nou menm atravè lafwa nou.
1TH 3:8 Paske koulye a, nou vrèman ap viv, si nou kanpe fèm nan Senyè a.
1TH 3:9 Paske ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz nou menm?
1TH 3:10 Antretan lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab konplete sa ki manke nan konesans lafwa nou.
1TH 3:11 Koulye a, ke Bondye e Papa nou an Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm.
1TH 3:12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an.
1TH 3:13 Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.
1TH 4:1 Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe mache pou fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou.
1TH 4:2 Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.
1TH 4:3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl,
1TH 4:4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè,
1TH 4:5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo;
1TH 4:6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
1TH 4:7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon.
1TH 4:8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki bannou Lespri Sen Li an.
1TH 4:9 Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt.
1TH 4:10 Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou,
1TH 4:11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an.
1TH 4:12 Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.
1TH 4:13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo.
1TH 4:14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
1TH 4:15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
1TH 4:16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman.
1TH 4:17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
1TH 4:18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
1TH 5:1 Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen.
1TH 5:2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit.
1TH 5:3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
1TH 5:4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè.
1TH 5:5 Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb.
1TH 5:6 Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli.
1TH 5:7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou yo nan lannwit.
1TH 5:8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
1TH 5:9 Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
1TH 5:10 Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
1TH 5:11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
1TH 5:12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou.
1TH 5:13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo. Viv nan lapè avèk youn lòt.
1TH 5:14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.
1TH 5:15 Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.
1TH 5:16 Se pou nou rejwi nou tout tan.
1TH 5:17 Priye san rete.
1TH 5:18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
1TH 5:19 Pa etenn Lespri Sen an.
1TH 5:20 Pa meprize pawòl pwofetik yo.
1TH 5:21 Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an
1TH 5:22 e evite tout kalite mal.
1TH 5:23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.
1TH 5:24 Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
1TH 5:25 Frè m yo priye pou nou.
1TH 5:26 Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen.
1TH 5:27 Mwen bannou lòd nan non Senyè a pou fè lèt sa a li bay tout frè yo.
1TH 5:28 Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.
2TH 1:1 Paul, Silvain ak Timothée, a legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri:
2TH 1:2 Gras pou nou ak lapè Bondye, Papa a, e Senyè a, Jésus Kri.
2TH 1:3 Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou.
2TH 1:4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo.
2TH 1:5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.
2TH 1:6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo,
2TH 1:7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo.
2TH 1:8 Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou an.
2TH 1:9 Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a.
2TH 1:10 Lè Li vini pou L kapab glorifye nan sen Li yo nan jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou an.
2TH 1:11 Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs,
2TH 1:12 pou non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.
2TH 2:1 Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak reyinyon nou ansanm avèk Li a,
2TH 2:2 pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon lespri, ni yon mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.
2TH 2:3 Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e nonm peche a, fis a pèdisyon an, ta vin parèt.
2TH 2:4 Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.
2TH 2:5 Èske nou pa sonje lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?
2TH 2:6 Konsa, nou konnen kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt.
2TH 2:7 Paske mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.
2TH 2:8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan.
2TH 2:9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, sign, ak fo mirak,
2TH 2:10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
2TH 2:11 Pou rezon sa a, Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a,
2TH 2:12 pou yo tout ki pa t kwè nan verite a, men ki te pran plezi nan mechanste, kapab jije.
2TH 2:13 Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon pa Lespri a ak lafwa nan verite a.
2TH 2:14 Se te pou sa Li te rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri.
2TH 2:15 Konsa, frè m yo, kanpe fèm e kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.
2TH 2:16 Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la
2TH 2:17 rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.
2TH 3:1 Finalman, frè m yo priye pou nou pou pawòl a Senyè a kapab gaye vit e vin glorifye, jis jan sa te fèt osi avèk nou an,
2TH 3:2 epi pou nou kapab delivre de moun pèvès e mechan yo, paske se pa tout ki gen lafwa.
2TH 3:3 Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an.
2TH 3:4 Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo.
2TH 3:5 Ke Senyè a dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.
2TH 3:6 Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.
2TH 3:7 Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou.
2TH 3:8 Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou.
2TH 3:9 Se pa paske nou pa gen dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.
2TH 3:10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis.
2TH 3:11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun.
2TH 3:12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo.
2TH 3:13 Men pou nou, frè m yo pa fatige nan fè sa ki bon.
2TH 3:14 Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e pa asosye nou avè l pou li kab vin wont.
2TH 3:15 Malgre sa, pa gade l kòm yon lènmi, men egzòte li kòm yon frè.
2TH 3:16 Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!
2TH 3:17 Mwen, Paul ekri salitasyon sa a avèk pwòp men m, e sa se mak ki idantifye m nan chak lèt; se konsa ke m ekri.
2TH 3:18 Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen.
1TI 1:1 Paul, yon apot a Kris Jésus selon kòmandman Bondye a, Sovè nou an, e a Kris Jésus ki se esperans nou.
1TI 1:2 A Timothée, vre pitit mwen nan lafwa mwen an: lagras, mizerikòd, ak lapè ki soti nan Bondye Papa a, e Senyè nou an, Jésus Kri.
1TI 1:3 Jan mwen te ankouraje ou sou depa mwen pou Macédoine nan, rete an Éphèse pou nou kapab enstwi sèten moun pou yo pa enstwi yon lòt doktrin nèf;
1TI 1:4 ni pou yo pa prete atansyon a fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a.
1TI 1:5 Men bi a enstriksyon nou an se lanmou ki soti nan yon kè san tach, bon konsyans ak yon lafwa ki sensè.
1TI 1:6 Paske kèk moun, nan egare kite bagay sa yo pou vin detounen nan diskou ki pa pote fwi,
1TI 1:7 ki ta vle mèt k ap enstwi lalwa, menmsi yo pa menm konprann ni sa y ap di a, ni sijè ke yo pale avèk plen konfyans lan.
1TI 1:8 Men nou konnen ke Lalwa bon, si yon moun itilize li nan yon fason lejitim.
1TI 1:9 Reyalize ke Lalwa pa fèt pou yon nonm ki dwat, men pou sila ki san prensip e ki rebèl yo, pou sila ki san Bondye ak pechè yo, pou sila ki pa sen ak mechan yo, pou sila ki touye papa oswa manman yo, pou asasen yo,
1TI 1:10 epi pou moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo,
1TI 1:11 selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.
1TI 1:12 Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis:
1TI 1:13 malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans.
1TI 1:14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a.
1TI 1:15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a.
1TI 1:16 Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.
1TI 1:17 Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
1TI 1:18 Lòd sa a mwen konfye a ou menm, Timothée, fis mwen an, ki an akò avèk pwofesi a konsènan ou menm ki te fèt deja, ke pa yo menm, ou te mennen bon konba a,
1TI 1:19 nan kenbe lafwa ak yon bon konsyans, ke kèk moun te rejte, e te fè nofraj nan sa ki gen rapò a lafwa yo.
1TI 1:20 Pami sila yo, se Hyménée ak Alexandre, ke mwen te livre a Satan pou yo kab aprann pou yo pa fè blasfèm.
1TI 2:1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun,
1TI 2:2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
1TI 2:3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an,
1TI 2:4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.
1TI 2:5 Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri,
1TI 2:6 ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a.
1TI 2:7 Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.
1TI 2:8 Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute.
1TI 2:9 Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè,
1TI 2:10 men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.
1TI 2:11 Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon.
1TI 2:12 Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans.
1TI 2:13 Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve.
1TI 2:14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon.
1TI 2:15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.
1TI 3:1 Sa se yon vre pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon pastè, se yon bon zèv li dezire fè a.
1TI 3:2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi.
1TI 3:3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan.
1TI 3:4 Li dwe yon moun ki jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite;
1TI 3:5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?)
1TI 3:6 Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la.
1TI 3:7 Li dwe gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak pèlen Satan.
1TI 3:8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp
1TI 3:9 men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp.
1TI 3:10 Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.
1TI 3:11 Fanm yo dwe menm jan an, dign pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.
1TI 3:12 Dyak yo dwe mari a yon sèl fanm, bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo.
1TI 3:13 Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.
1TI 3:14 M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan,
1TI 3:15 men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.
1TI 3:16 San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a: Sila ki Te revele nan lachè a, Te jistifye nan Lespri a Te wè pa zanj yo, Te pwoklame pami nasyon yo, Te resevwa kwayans mond lan, Te leve wo nan laglwa a.
1TI 4:1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo,
1TI 4:2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho;
1TI 4:3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo.
1TI 4:4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman,
1TI 4:5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.
1TI 4:6 Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou deja ap swiv yo.
1TI 4:7 Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo. Sou lòt kote, disipline tèt ou pou vi sentete a.
1TI 4:8 Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.
1TI 4:9 Sa se yon vre Pawòl ki merite aksepte pa tout moun.
1TI 4:10 Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse esperans nou sou Bondye vivan an, ki se Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.
1TI 4:11 Preskri e enstwi bagay sa yo.
1TI 4:12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
1TI 4:13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
1TI 4:14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.
1TI 4:15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.
1TI 4:16 Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.
1TI 5:1 Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo,
1TI 5:2 a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou sè. Ak tout, san tach.
1TI 5:3 Onore vèv ki vrèman vèv yo;
1TI 5:4 men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repeye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.
1TI 5:5 Alò, sila ki vrèman yon vèv, e ki kite sèl la, fikse tout espwa l sou Bondye e kontinye nan siplikasyon ak lapriyè lajounen kon lannwit.
1TI 5:6 Men sila ki viv nan plezi a, mouri menm pandan ke li ap viv la.
1TI 5:7 Preskri bagay sa yo tou pou yo kapab vin san repwòch.
1TI 5:8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
1TI 5:9 Yon vèv dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun,
1TI 5:10 avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.
1TI 5:11 Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye.
1TI 5:12 Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a.
1TI 5:13 An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.
1TI 5:14 Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.
1TI 5:15 Paske kèk nan yo deja detounen pou swiv Satan.
1TI 5:16 Si yon fanm ki se yon kwayan gen vèv ki depann de li, li dwe asiste yo e legliz la pa dwe pote chaj sa a, pou li kapab asiste sila ki vrèman vèv yo.
1TI 5:17 Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo.
1TI 5:18 Paske Lekriti a di: “Nou pa dwe mete mizo nan bouch a bèf la pandan l ap moulen sereyal la,” epi: “Ouvriye a dign de salè li.”
1TI 5:19 Pa resevwa yon akizasyon kont yon ansyen eksepte sou baz a de oswa twa temwen.
1TI 5:20 Sila ki kontinye nan peche yo repwoche yo nan prezans a tout moun, pou lòt yo tou kapab pè fè peche.
1TI 5:21 Mwen solanèlman chaje ou nan prezans a Bondye, a Kris Jésus e a zanj chwazi Li yo, pou kenbe prensip sa yo san favorize pèsòn, e pa fè anyen nan yon lespri patipri.
1TI 5:22 Pa poze men sou okenn moun twò vit, e konsa vin pataje nan peche a lòt yo. Kenbe tèt ou lib de peche.
1TI 5:23 Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.
1TI 5:24 Peche kèk moun vin toutafè klè, li ale devan yo pou jijman. Pou lòt yo, peche pa yo vini aprè yo.
1TI 5:25 Menm jan an tou, zèv ki bon yo toutafè klè, e sila ki pa konsa yo, p ap kapab kache.
1TI 6:1 Tout sila ki anba jouk esklavaj yo dwe gade pwòp mèt yo kòm moun ki dign de tout onè pou pèsòn pa kapab pale mal kont non a Bondye e ak doktrin nou an.
1TI 6:2 Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.
1TI 6:3 Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a,
1TI 6:4 li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal,
1TI 6:5 diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.
1TI 6:6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman.
1TI 6:7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
1TI 6:8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
1TI 6:9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon.
1TI 6:10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
1TI 6:11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.
1TI 6:12 Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo.
1TI 6:13 Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la,
1TI 6:14 pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri.
1TI 6:15 Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo.
1TI 6:16 Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
1TI 6:17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan.
1TI 6:18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje.
1TI 6:19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
1TI 6:20 O Timothée, gade byen sa ki konfye a ou menm nan, e evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan,
1TI 6:21 ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin egare kite lafwa. Ke lagras avèk nou. Amen.
2TI 1:1 Paul yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus,
2TI 1:2 a Timothée fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.
2TI 1:3 Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen
2TI 1:4 avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.
2TI 1:5 Paske mwen sonje lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou.
2TI 1:6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.
2TI 1:7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
2TI 1:8 Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a,
2TI 1:9 ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite,
2TI 1:10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la.
2TI 1:11 Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo.
2TI 1:12 Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.
2TI 1:13 Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a.
2TI 1:14 Veye byen, selon lespri Sen ki demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a.
2TI 1:15 Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.
2TI 1:16 Ke Senyè a bay mizerikòd a lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo;
2TI 1:17 men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen.
2TI 1:18 Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.
2TI 2:1 Konsa, ou menm, fis mwen an se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a.
2TI 2:2 Bagay ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.
2TI 2:3 Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus.
2TI 2:4 Nanpwen sòlda an sèvis ki mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.
2TI 2:5 Osi, si yon moun nan konpetisyon nan spò, li p ap genyen pri a amwenske li fè konpetisyon an selon règ yo.
2TI 2:6 Kiltivatè ki travay di a ta dwe premye pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la.
2TI 2:7 Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.
2TI 2:8 Sonje Jésus Kri leve soti nan lanmò, desandan a David la, selon levanjil mwen an.
2TI 2:9 Pou li menm, mwen soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone.
2TI 2:10 Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.
2TI 2:11 “Sa se yon vre pawòl: Paske si nou te mouri avèk Li, nou va osi viv avèk Li.
2TI 2:12 Si nou andire, nou va osi renye avèk Li. Si nou rejte Li, Li tou va rejte nou.
2TI 2:13 Si nou pa fidèl Li rete fidèl; paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”
2TI 2:14 Fè yo sonje bagay sa yo, eanchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo.
2TI 2:15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
2TI 2:16 Men evite pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.
2TI 2:17 Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, Hyménée ak Philète:
2TI 2:18 Moun ki te egare kite verite yo nan di ke rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.
2TI 2:19 Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”
2TI 2:20 Alò, nan yon gran mezon, pa gen sèlman veso an lò ak lajan, men osi veso an bwa ak kanari. Yon pati pou onore e yon pati pou dezonore.
2TI 2:21 Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.
2TI 2:22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.
2TI 2:23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.
2TI 2:24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis,
2TI 2:25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a,
2TI 2:26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.
2TI 3:1 Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini.
2TI 3:2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa,
2TI 3:3 san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon,
2TI 3:4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye;
2TI 3:5 k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li. Evite moun konsa yo.
2TI 3:6 Paske pami yo menm, gen moun ki antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa move lanvi de tout kalite,
2TI 3:7 k ap toujou aprann e ki pa janm rive a konesans verite a.
2TI 3:8 Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze a verite a; lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.
2TI 3:9 Men yo p ap fè plis pwogrè, paske foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.
2TI 3:10 Alò, ou te swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans lanmou, pèseverans
2TI 3:11 pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m!
2TI 3:12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.
2TI 3:13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.
2TI 3:14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a.
2TI 3:15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
2TI 3:16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati.
2TI 3:17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
2TI 4:1 Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an:
2TI 4:2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.
2TI 4:3 Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo.
2TI 4:4 Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.
2TI 4:5 Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli ministè ou la.
2TI 4:6 Paske mwen deja ap vide kòm yon ofrann bwason, e lè pou m ale a gen tan rive.
2TI 4:7 Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa.
2TI 4:8 A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.
2TI 4:9 Fè tout efò pou vini kote mwen byen vit,
2TI 4:10 paske Démas, ki renmen mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie.
2TI 4:11 Se sèl Luc ki avè m. Pran Marc e mennen l vini avè w, paske li itil a mwen pou zèv mwen an.
2TI 4:12 Men Tychique, mwen te voye li Éphèse.
2TI 4:13 Lè ou vini, pote manto ke m te kite Troas avèk Carpus la, menm ak liv yo, sitou woulo yo.
2TI 4:14 Alexandre, bòs fòjewon an, te fè mwen anpil mal. Senyè a va rann li sa selon zèv li.
2TI 4:15 Veye kont li ou menm, paske li te opoze ak fòs a enstriksyon nou an.
2TI 4:16 Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo.
2TI 4:17 Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.
2TI 4:18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
2TI 4:19 Salye Prisca ak Aquillas, ak tout kay Onésiphore a.
2TI 4:20 Éraste te rete Corinthe, men Trophime, mwen te kite li malad Milet.
2TI 4:21 Fè tout efò pou vini avan sezon livè a. Eubulus salye ou, Pudens, Linus, Claudia, ak tout frè yo salye ou osi.
2TI 4:22 Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.
TIT 1:1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, e yon apot Jésus Kri, pou lafwa a sila ki te chwazi pa Bondye yo, ak konesans verite ki an akò avèk vi sentete a,
TIT 1:2 nan espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo.
TIT 1:3 Men nan tan konvenab la, pawòl Li te manifeste, ak mesaj sila a ki te konfye m nan, selon kòmandman a Bondye a, Sovè nou an,
TIT 1:4 a Tite vrè pitit mwen nan yon lafwa ke nou pataje ansanm: Lagras ak lapè Bondye, Papa a, ak Kris Jésus, sovè nou an.
TIT 1:5 Pou rezon sa a, mwen te kite ou Crète, pou ou ta kapab mete nan lòd bagay ki potko fèt yo, e chwazi ansyen yo nan chak vil selon jan mwen te dirije ou a.
TIT 1:6 Kidonk, si yon nonm san repwòch, mari a yon sèl fanm, ki gen pitit ki kwayan, e ki pa akize de dezòd ak rebelyon.
TIT 1:7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp;
TIT 1:8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li,
TIT 1:9 ki kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.
TIT 1:10 Paske gen anpil moun rebèl moun k ap pale pawòl anven ak moun k ap twonpe moun, sitou sila sikonsizyon yo,
TIT 1:11 ki dwe rete an silans paske y ap boulvèse tout kay yo nèt, nan enstwi bagay ke yo pa ta dwe enstwi, pou koz a kòb ki sal.
TIT 1:12 Youn nan yo, yon pwofèt de pèp yo menm te di: “Moun Crète yo se toujou mantè yo ye, bèt mechan, parese ki manje twòp”.
TIT 1:13 Temwayaj sa a vrè. Pou rezon sa a repwoche yo sevèman pou yo kapab vin solid nan lafwa,
TIT 1:14 pa nan prete atansyon a vye istwa Jwif yo, ak kòmandman a lèzòm ki vire kite verite a.
TIT 1:15 Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye.
TIT 1:16 Yo di yo konnen Bondye, men ak zèv pa yo, yo nye Li. Konsa, yo vin detestab, dezobeyisan, e san valè pou okenn bon zèv.
TIT 2:1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
TIT 2:2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
TIT 2:3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon
TIT 2:4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo,
TIT 2:5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
TIT 2:6 Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye.
TIT 2:7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi,
TIT 2:8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
TIT 2:9 Ankouraje esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon,
TIT 2:10 pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.
TIT 2:11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun
TIT 2:12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a;
TIT 2:13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri
TIT 2:14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
TIT 2:15 Pale, egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.
TIT 3:1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv
TIT 3:2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.
TIT 3:3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
TIT 3:4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt,
TIT 3:5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an,
TIT 3:6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an.
TIT 3:7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.
TIT 3:8 Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.
TIT 3:9 Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.
TIT 3:10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon.
TIT 3:11 Byen konnen ke yon moun konsa pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.
TIT 3:12 Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.
TIT 3:13 Byen vit, voye avoka a, Zénas ak Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.
TIT 3:14 Moun pa nou yo dwe osi aprann angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke bay fwi.
TIT 3:15 Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou nan lafwa yo. Ke lagras avèk nou tout.
PHM 1:1 Paul, yon prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an,
PHM 1:2 ak Apphia, sè ou, a Archippe sòlda parèy a nou, e a legliz lakay ou a:
PHM 1:3 Lagras pou ou, ak lapè Bondye, Papa nou, e Senyè a, Jésus Kri.
PHM 1:4 Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo
PHM 1:5 paske mwen tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo.
PHM 1:6 Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la.
PHM 1:7 Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.
PHM 1:8 Konsa malgre ke mwen gen ase konfyans nan Kris pou bay ou lòd pou fè sa ki bon,
PHM 1:9 malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye ou—paske mwen se yon moun tankou Paul granmoun lan, e koulye a, osi yon prizonye a Kris Jésus.
PHM 1:10 Mwen sipliye ou, pou pitit mwen an, Onésime, ke mwen te vin fè pandan mwen te nan prizon an,
PHM 1:11 ke avan, te initil a ou menm, men koulye a, li itil ni pou ou, ni pou mwen.
PHM 1:12 Mwen voye li tounen kote ou an pèsòn. Sa vle di, se kè m menm ke m voye a.
PHM 1:13 Mwen te pito kenbe l avè m, pou l ta kapab, nan non ou, fè sèvis pou mwen, pandan mwen anprizone pou levanjil la.
PHM 1:14 Men san pèmisyon ou, mwen pa t vle fè anyen, pou bonte ou pa ta, anfèt “pa lafòs”, men m ta pito akoz bòn volonte pa ou.
PHM 1:15 Paske, li ka petèt separe de ou, eksprè pou rezon sa a, pou yon ti tan, pou ou ta kapab genyen l vin retounen nèt,
PHM 1:16 pa tankou yon esklav ankò, men plis ke yon esklav yon frè byeneme, sitou pou mwen menm, men plis ankò pou ou, nan lachè e nan Senyè a.
PHM 1:17 Si, konsa, ou gade mwen kòm yon ouvriye parèy ou, aksepte li kòm ou ta aksepte mwen.
PHM 1:18 Men si, nan nenpòt jan li te fè ou tò, oswa dwe ou yon bagay, mete sa sou kont mwen.
PHM 1:19 Mwen, Paul, mwen ap ekri sa avèk pwòp men mwen. Mwen va ranbouse ou li (annou pa menm pale ke ou menm dwe m menm pwòp tèt ou tou.)
PHM 1:20 Wi, frè m, kite m benefisye de ou nan Senyè a. Rafrechi kè m nan Kris la.
PHM 1:21 Avèk konfyans nan obeyisans ou, mwen ekri ou, paske m konnen ke ou va fè menm plis ke sa mwen di a.
PHM 1:22 An menm tan an tou, prepare pou mwen yon kote pou m rete, paske mwen gen espwa ke pa lapriyè ou yo pou mwen, y ap lage m nan men ou.
PHM 1:23 Épaphras, prizonye parèy mwen nan Kris Jésus, salye ou
PHM 1:24 tankou Marc, Aristarque, Démas Luc, ouvriye parèy a mwen yo.
PHM 1:25 Ke lagras Senyè a, Jésus Kri, rete avèk lespri ou. Amen.
HEB 1:1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.
HEB 1:2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan.
HEB 1:3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a. Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.
HEB 1:4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.
HEB 1:5 Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di: “Ou se Fis Mwen. Jodi a Mwen fè Ou”? E ankò: “Mwen va yon Papa pou Li e Li va yon Fis pou Mwen,”
HEB 1:6 E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: “Kite tout zanj Bondye yo adore Li,”
HEB 1:7 A zanj yo Li di: “Li fè zanj Li yo tounen van, e sèvitè Li yo yon flanm dife”
HEB 1:8 Men a Fis la, Li di: “Twòn pa Ou a, O Bondye, se pou Tout tan e pou tout tan. E otorite san patipri a se otorite wayòm Li an.
HEB 1:9 Ou renmen ladwati e ou rayi linikite; konsa, Bondye, Bondye pa w la te onksyone ou avèk lwil lajwa a pi plis ke parèy Ou yo.”
HEB 1:10 Epi, “Ou menm, Senyè, nan kòmansman an te poze fondasyon tè a. Syèl yo se zèv lamen Ou.
HEB 1:11 Yo va peri, men Ou va rete toujou. Yo tout va vin vye tankou vètman.
HEB 1:12 Epi tankou yon manto, Ou va woule yo, fè woulo nèt. Tankou vètman, yo va vin chanje, men Ou rete menm jan an. Lane pa Ou yo p ap fini.”
HEB 1:13 Men a kilès nan zanj yo, Li janm di: “Chita sou men dwat Mwen, jiskaske Mwen fè lènmi Ou yo vin yon ti ban pou pye Ou”?
HEB 1:14 Èske tout zanj yo se pa lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?
HEB 2:1 Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou nou pa vin vag sou li.
HEB 2:2 Paske si pawòl ki te pale pa zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis,
HEB 2:3 kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa? Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo.
HEB 2:4 Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.
HEB 2:5 Paske Li pa t bay zanj yo kontwòl sou monn k ap vini an, sou sa n ap pale a,
HEB 2:6 men youn te temwaye yon kote, pou di: “Kisa lòm ye, pou ou sonje li? Oubyen, fis a lòm, pou ou sousye de li?
HEB 2:7 Ou fè li pou yon ti tan yon ti jan pi piti pase zanj yo. Ou kouwone li avèk glwa ak lonè. Ou ba li pouvwa sou tout zèv men Ou yo;
HEB 2:8 e Ou mete tout bagay anba pye li.” Paske nan bay li kontwòl sou tout bagay, Li pa kite anyen ki pa t kontwole pa li. Men koulye a malgre sa, nan moman sa a, nou poko wè tout bagay anba kontwòl li.
HEB 2:9 Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun.
HEB 2:10 Paske se te jan li te dwe ye pou Li a, kòmsi pou Li menm e nan Li menm ke tout bagay yo ye, pou mennen anpil fis nan laglwa, pou rann pafè Otè delivrans lan atravè soufrans li yo.
HEB 2:11 Paske Sila ki fè moun sen an, ni sila ki vin sen yo, yo tout soti nan yon sèl Papa. Se pou rezon sa a, Li pa wont rele yo frè.
HEB 2:12 Li di: “Mwen va pwokame non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, Mwen va chante lwanj Ou.
HEB 2:13 Epi ankò: “Mwen va mete konfyans Mwen nan Li.” E ankò: “Gade, Mwen menm avèk pitit ke Bondye te ban Mwen yo.”
HEB 2:14 Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kraze pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la;
HEB 2:15 e ki ta kapab delivre tout sila ki akozperèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.
HEB 2:16 Paske anverite, Li pa bay èd a zanj yo, men li bay èd a desandan Abraham yo.
HEB 2:17 Pou sa ta vin rive, li te oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo.
HEB 2:18 Paske akoz ke Li menm te tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo.
HEB 3:1 Konsa, frè sen yo, patisipan a yon apèl selès yo, konsidere Jésus, Apot ak Wo prèt lafwa ke n ap konfese a.
HEB 3:2 Li te fidèl a Sila ki te chwazi Li a, menmjan Moïse osi te fidèl nan tout kay Li a.
HEB 3:3 Paske Li te konte dign de plis glwa ke Moïse, menmjan ke konstriktè kay la gen plis onè pase kay la li menm.
HEB 3:4 Paske tout kay bati pa yon moun, men Sila ki bati tout bagay la, se Bondye.
HEB 3:5 Alò, Moïse te fidèl nan tout kay Li a, kòm yon sèvitè pou yon temwayaj a bagay sila ki t ap vin pale pita yo;
HEB 3:6 Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.
HEB 3:7 Konsa, jan Lespri Sen an di a: “Jodi a, si nou tande vwa Li,
HEB 3:8 pa fè tèt nou di, jan lè yo te fè M fache a, pandan jou tribilasyon yo nan dezè a,
HEB 3:9 kote Papa nou yo te fè eprèv mwen nan tante Mwen, e te vin wè zèv Mwen yo pandan karant ane.
HEB 3:10 Konsa, Mwen te fache avèk jenerasyon sila a, e M te di: ‘Yo toujou vin egare nan kè yo; e yo pa t konnen chemen Mwen yo’.
HEB 3:11 Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, ‘Yo p ap antre nan repo Mwen’.
HEB 3:12 Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an.
HEB 3:13 Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.
HEB 3:14 Paske nou gen tan devni patisipan an Kris si nou kenbe fèm a premye asirans nou an jiska lafen;
HEB 3:15 Pandan ke li di: “Jodi a si nou tande vwal L, pa andisi kè nou, jan lè yo te fè nan rebelyon an.”
HEB 3:16 Paske kilès ki te fè rebelyon an? Èske, vrèman, se pa t tout sila ki te sòti an Égypte ki te mennen pa Moïse yo?
HEB 3:17 Epi avèk kilès Li te fache pandan karant ane yo? Èske se pa avèk sila ki te peche yo ke kò yo te tonbe nan dezè a?
HEB 3:18 Epi a kilès Li te sèmante ke yo pa t ap antre nan repo, sof ke a sila ki te dezobeyisan yo?
HEB 3:19 Donk, nou wè ke yo pa t kapab antre akoz enkwayans yo.
HEB 4:1 Konsa, annou toujou gen lakrent pou si, pandan yon pwomès pou antre nan repo Li a toujou rete, okenn nan nou pa ta sanble vin rate li.
HEB 4:2 Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a.
HEB 4:3 Paske nou menm ki te kwè yo, nou te antre nan repo sa a, jan Li te di a: “Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, yo p ap antre nan repo Mwen”, malgre zèv Li yo fini depi nan fondasyon mond lan.
HEB 4:4 Paske Li te di, yon kote, konsènan setyèm jou a: “Epi Bondye te repoze nan setyèm jou a de tout zèv Li yo.”
HEB 4:5 E ankò nan pasaj sa a: “Yo p ap antre nan repo Mwen.”
HEB 4:6 Konsa, paske li rete pou kèk moun antre ladann, epi sila ki, avan, te gen bòn nouvèl la preche a yo menm yo, te echwe antre ladann akoz dezobeyisans yo,
HEB 4:7 Li ankò fikse yon sèten jou, “Jodi a”, e sa te ankò di atravè David apre anpil tan menm jan ke Li te di avan an: “Jodi a, si nou tande vwa Li, pa andisi kè nou.”
HEB 4:8 Paske si Josué te bay yo repo, Li pa t ap pale de yon lòt jou apre sa.
HEB 4:9 Konsa, gen yon repo Saba ki rete pou pèp Bondye a.
HEB 4:10 Paske sila ki te antre nan repo Li a, li menm tou, te repoze de zèv li yo, jan Bondye te fè pou zèv pa Li yo.
HEB 4:11 Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.
HEB 4:12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo.
HEB 4:13 Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.
HEB 4:14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a.
HEB 4:15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
HEB 4:16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
HEB 5:1 Paske tout wo prèt ki pran pami moun se deziye pou moun, nan bagay ki apatyen a Bondye, pou l kapab ofri Bondye don ak sakrifis pou peche yo.
HEB 5:2 Konsa,wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès.
HEB 5:3 Epi akoz de sa, li oblije ofri sakrifis pou peche pèp la, e pou pwòp tèt li tou.
HEB 5:4 Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a.
HEB 5:5 Menmjan an, Kris pa t osi bay pwòp tèt Li glwa, pou L ta devni yon wo prèt, men Li menm, Bondye ki te di Li: “Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen vin Papa Ou.”;
HEB 5:6 Menmjan Li di osi nan yon lòt pasaj: “Ou se yon prèt pou tout tan selon modèl Melchisédek la.”
HEB 5:7 Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.
HEB 5:8 Malgre Li te yon Fis, Li te aprann obeyisans nan bagay ke Li te soufri yo.
HEB 5:9 Epi apre, lè L te vin pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la,
HEB 5:10 nonmen pa Bondye kòm wo prèt nan modèl a Melchisédek la.
HEB 5:11 Konsènan Li menm, nou gen anpil bagay pou di, e se difisil pou eksplike akoz ke nou vin mal pou tande.
HEB 5:12 Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.
HEB 5:13 Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo bebe toujou.
HEB 5:14 Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.
HEB 6:1 Konsa, nan kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye,
HEB 6:2 lenstriksyon sou lave ak poze men yo, rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la.
HEB 6:3 Tout sa nou va fè si Bondye kite l fèt.
HEB 6:4 Paske nan ka a sila ki, yon fwa, te eklere yo, ki te goute kado selès la, ki te vin patisipan nan Lespri Sen yo,
HEB 6:5 te goute bon pawòl Bondye a ak pouvwa a tan k ap vini an,
HEB 6:6 e ki answit, te vin tonbe, se enposib pou renouvle yo ankò a repantans, paske yo ankò krisifye pou kont yo Fis Bondye a e ekspoze Li a lawont piblik.
HEB 6:7 Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye.
HEB 6:8 Men si li pote pikan ak zepeng, li san valè e prèt pou vin madichonnen, e fini pa brile.
HEB 6:9 Men byeneme yo, nou konvenk de pi bon bagay konsènan nou menm yo, bagay ki akonpanye Sali yo, malgre se konsa n ap pale.
HEB 6:10 Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo.
HEB 6:11 Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen,
HEB 6:12 pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.
HEB 6:13 Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te sèmante pa pwòp tèt Li.
HEB 6:14 Li te di: “Byensi Mwen va beni ou, e byensi, Mwen va miltipliye nou.”
HEB 6:15 Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.
HEB 6:16 Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.
HEB 6:17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman.
HEB 6:18 Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.
HEB 6:19 Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki menm antre anndan vwal tanp lan,
HEB 6:20 kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.
HEB 7:1 Paske Melchisédek sila a, wa Salem nan, prèt a Bondye Pi Wo a, ki te rankontre Abraham lè l t ap retounen soti nan masak wa yo e te beni li,
HEB 7:2 a li menm osi Abraham te bay yon dim nan tout piyaj la, ki te dabò, nan tradwi non li, wa ladwati, e menm osi wa Salèm, ki vle di wa lapè.
HEB 7:3 San papa, san manman, san listwa zansèt, ki pa t gen ni kòmansman nan jou li yo, ni lafen nan lavi li, men fèt tankou Fis a Bondye a, li rete yon prèt pou tout tan.
HEB 7:4 Alò, obsève kijan mesye sa a te gran; menm Abraham, patriyach la, te bay li yon dim nan pi bon pati piyaj sila a.
HEB 7:5 Konsa, sila vrèman de fis a Lévi yo, ki te resevwa plas a wo prèt la, te gen yon kòmandman nan lalwa pou fè kolekte yon dim ki soti nan pèp la, sa vle di, ki soti nan frè yo, malgre ke yo se desandan Abraham.
HEB 7:6 Men youn ki pa menm pami zansèt li yo, te kolekte yon dim soti nan Abraham e te beni sila ki te gen tout pwomès yo.
HEB 7:7 Men san kesyon, pi piti a beni pa pi gran an.
HEB 7:8 Nan ka sila a, lòm mòtèl yo resevwa dim yo, men nan lòt ka a, yon moun resevwa yo de sila ke yo temwaye ke li viv toujou.
HEB 7:9 Epi nou kapab di ke, selon Abraham menm Lévi, ki te resevwa dim yo, te peye dim yo,
HEB 7:10 paske li te toujou nan ren a Papa l lè Melchisédek te rankontre li a.
HEB 7:11 Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an?
HEB 7:12 Paske lè sistèm prèt la vin chanje, vin gen nesesite pou yon chanjman lalwa tou.
HEB 7:13 Paske sou sila ke n ap pale la a, li se yon manm nan yon lòt tribi ki pa t gen okenn moun ki te fè sèvis devan lotèl la.
HEB 7:14 Paske li byen klè ke Senyè nou an te desann sòti nan Juda, yon tribi ki pa gen korespondans ak anyen Moïse te pale konsènan zafè prèt yo.
HEB 7:15 Epi sa pi klè toujou, si yon lòt prèt leve selon resanblans a Melchisédek,
HEB 7:16 ki pa t devni konsa sou baz a yon lwa lachè, men selon pouvwa a yon lavi ki pa t kab peri.
HEB 7:17 Paske li temwaye de Li: “Ou se yon prèt pou tout tan nan modèl a Melchisédek la.”
HEB 7:18 Paske sou yon bò, yo mete sou kote ansyen kòmandman an akoz de feblès ak initilite li.
HEB 7:19 (Paske Lalwa pa t fè anyen pafè), epi sou lòt bò, yo mennen yon pi bon espwa, e atravè li menm nou vin rapwoche de Bondye.
HEB 7:20 E kòmsi, li pa t fèt yon prèt san yon sèman,
HEB 7:21 paske vrèman prèt lalwa yo te vin prèt san sèman, men Li menm avèk yon sèman, atravè Sila ki te di Li a: “Senyè a gen tan sèmante e Li p ap chanje tèt Li; ‘Ou se yon prèt pou tout tan’.” Selon modèl a Melchisédek la.”
HEB 7:22 Konbyen anplis ke sa, Jésus gen tan vin garanti a yon pi bon akò.
HEB 7:23 Lansyen prèt yo, sou yon bò, te egziste an gran nonb, paske lanmò te anpeche yo kontinye fè sèvis yo,
HEB 7:24 men Jésus, de lòt bò, akoz ke Li la pou tout tan, Li kenbe pozisyon prèt Li a pou tout tan.
HEB 7:25 Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.
HEB 7:26 Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen inosan, san tach, separe de pechè yo e egzalte piwo ke syèl yo;
HEB 7:27 ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.
HEB 7:28 Paske Lalwa nonmen moun ki fèb kòm wo prèt, men pawòl a sèman, ki te vini aprè Lalwa a, te nonmen yon Fis ki te fèt pafè pou tout tan.
HEB 8:1 Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.”
HEB 8:2 Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve.
HEB 8:3 Paske chak wo prèt nonmen pou ofri ni don ni sakrifis. Konsa li nesesè pou wo prèt sila a gen yon bagay pou l ofri tou.
HEB 8:4 Alò, si Li te sou latè, Li pa t ap yon prèt menm, paske pou sa a, gen sila yo ki ofri don yo selon Lalwa,
HEB 8:5 ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske “Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”
HEB 8:6 Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.
HEB 8:7 Paske si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm.
HEB 8:8 Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di: “Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a, lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la e avèk kay Juda a;
HEB 8:9 Pa tankou akò ke Mwen te fè avèk zansèt pa yo nan jou ke M te pran yo nan men pou mennen yo sòti an Égypte la; paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a.
HEB 8:10 Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la apre jou sa yo, di Senyè a: Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo, e Mwen va ekri yo nan kè yo. Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.
HEB 8:11 Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’, paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan pi piti jiska pi gran nan yo.
HEB 8:12 Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo e Mwen p ap sonje peche yo ankò.
HEB 8:13 Lè L te di: “Yon akò tounèf”, Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.
HEB 9:1 Alò, menm premye akò a te gen règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la.
HEB 9:2 Paske te gen yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.
HEB 9:3 Andedan dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen dè Sen yo.
HEB 9:4 Li gen yon lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo.
HEB 9:5 Epi anwo li, se te cheriben laglwa a ki te fè lonbraj sou plas ekspiyasyon an. Men de bagay sa yo, nou pa kab pale an detay koulye a.
HEB 9:6 Alò, lè bagay sa yo fin byen prepare konsa, prèt yo ap toujou antre nan tabènak pa deyò a, pou fè adorasyon Bondye,
HEB 9:7 men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote san, ke li ofri pou tèt li a ak pou peche ke pèp la te fè nan inyorans yo.
HEB 9:8 Lespri Sen an ap fè nou konnen sa a; ke chemen pou antre nan lye sen an poko fin revele, pandan tabènak deyò a toujou kanpe.
HEB 9:9 Tabènak sila a se yon imaj pou tan prezan sila a. Selon sa a ni kado ni sakrifis k ap ofri yo pa kapab fè adoratè a vin pafè nan konsyans li,
HEB 9:10 paske yo lye sèlman ak manje, bwason, ak plizyè bagay pou lave, règleman kò ki enpoze jis pou lè tout bagay vin nèf.
HEB 9:11 Men lè Kris te parèt tankou wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a.
HEB 9:12 Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.
HEB 9:13 Paske si san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a,
HEB 9:14 konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?
HEB 9:15 Pou rezon sila a, Li se medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.
HEB 9:16 Paske kote denyè testaman akò mò a ye, fòk gen lanmò a sila ki te fè l la.
HEB 9:17 Paske yon denyè testaman akò mò valab sèlman lè moun mouri, paske li pa janm an fòs pandan sila ki te fè l la toujou vivan.
HEB 9:18 Konsa, menm premye akò a pa t inogire san san.
HEB 9:19 Paske lè tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa li te pran san a towo ak kabrit avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la.
HEB 9:20 E konsa li te di: “Sa se san akò ke Bondye te kòmande nou an.”
HEB 9:21 Menm jan an, li te flite tabènak la ak tout veso pou sèvis yo avèk san an.
HEB 9:22 Epi selon Lalwa, se prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.
HEB 9:23 Konsa, li te nesesè pou kopi a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo.
HEB 9:24 Paske Kris pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vre a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou.
HEB 9:25 Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a.
HEB 9:26 Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan.
HEB 9:27 Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an,
HEB 9:28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.
HEB 10:1 Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vre fòm a bagay sa yo, pa janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo.
HEB 10:2 Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, lè yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap vin sanse pechè ankò?
HEB 10:3 Men nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane.
HEB 10:4 Paske se enposib pou san towo ak kabrit efase peche.
HEB 10:5 Konsa, lè Li vini nan mond lan, Li te di: “Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire, men yon kò Ou te prepare pou Mwen.
HEB 10:6 Nan tout ofrann ki brile ak sakrifis pou peche, Ou pa t pran plezi.
HEB 10:7 Answit, Mwen te di: ‘Gade, Mwen gen tan vini (nan woulo liv la li ekri de Mwen) “pou fè volonte Ou, o Bondye.’”
HEB 10:8 Lè L te fin di tout sa a: “Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo” (sila k ap ofri selon Lalwa yo).
HEB 10:9 Answit, Li te di: “Gade, Mwen vini pou fè volonte Ou.” Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan.
HEB 10:10 Pa volonte sila a, nou vin sanktifye pa ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.
HEB 10:11 Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki pa janm kapab efase peche yo.
HEB 10:12 Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li te vin chita sou men dwat a Bondye,
HEB 10:13 pou Li ta tann depi lè sa jis rive pi devan an jiskaske lènmi li yo vin tounen yon ti ban pou pye li.
HEB 10:14 Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.
HEB 10:15 Epi Lespri Sen an temwaye osi a nou menm. Paske apre Li te di:
HEB 10:16 “Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo apre jou sa yo, di Senyè a; Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo, e nan panse yo, Mwen va ekri yo.” Li di answit:
HEB 10:17 “Epi peche ak inikite yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
HEB 10:18 Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò.
HEB 10:19 Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans pou antre nan lye sen an pa san Jésus a
HEB 10:20 pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li,
HEB 10:21 epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a,
HEB 10:22 annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp.
HEB 10:23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
HEB 10:24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv.
HEB 10:25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
HEB 10:26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò,
HEB 10:27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
HEB 10:28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen.
HEB 10:29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
HEB 10:30 Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.”
HEB 10:31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.
HEB 10:32 Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin eklere, nou te andire yon gwo konfli soufrans
HEB 10:33 nan yon jan, nou te devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo.
HEB 10:34 Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.
HEB 10:35 Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans.
HEB 10:36 Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.
HEB 10:37 “Paske nan yon tan ki kout, Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.
HEB 10:38 Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa; e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”
HEB 10:39 Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm lan.
HEB 11:1 Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.
HEB 11:2 Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te vin apwouve.
HEB 11:3 Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.
HEB 11:4 Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.
HEB 11:5 Pa lafwa Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.
HEB 11:6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.
HEB 11:7 Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.
HEB 11:8 Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale.
HEB 11:9 Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la.
HEB 11:10 Paske li t ap chache vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.
HEB 11:11 Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la.
HEB 11:12 Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”
HEB 11:13 Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a.
HEB 11:14 Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo.
HEB 11:15 Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a yo t ap twouve chans pou retounen.
HEB 11:16 Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.
HEB 11:17 Pa lafwa Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a.
HEB 11:18 Se te selon fis sa menm ke Li te di: “Nan Isaac, desandan ou yo va rele.”
HEB 11:19 Men li te konsidere ke Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vrèman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an.
HEB 11:20 Pa lafwa Isaac te beni Jacob ak Ésaü, menm selon bagay ki t ap vini yo.
HEB 11:21 Pa lafwa Jacob, pandan li t ap mouri, li te beni tout fis Joseph yo, e li te adore pandan li t ap apiye sou tèt baton li.
HEB 11:22 Pa lafwa Joseph, lè l t ap mouri, te pale sou egzòd a fis Israël yo, e te pase lòd konsènan zo li yo.
HEB 11:23 Pa lafwa Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè lòd wa a.
HEB 11:24 Pa lafwa, Moïse lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an;
HEB 11:25 men li te chwazi pito sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo.
HEB 11:26 Li te konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.
HEB 11:27 Pa lafwa, li te kite Égypte, san krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la.
HEB 11:28 Pa lafwa, li te fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo.
HEB 11:29 Pa lafwa yo te travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt.
HEB 11:30 Pa lafwa miray Jéricho yo te tonbe apre yo te fin fè wonn yo pandan sèt jou.
HEB 11:31 Pa lafwa Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.
HEB 11:32 Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo,
HEB 11:33 ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo.
HEB 11:34 Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.
HEB 11:35 Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon.
HEB 11:36 Epi lòt nan yo te pase pay nan moke ak resevwa kout fwèt; wi, menm chenn ak prizon tou.
HEB 11:37 Yo te lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete—
HEB 11:38 moun ke mond lan pa menm merite yo— Yo te gaye kò yo nan dezè, mòn, nan kavo, ak twou nan tè yo.
HEB 11:39 Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo pa t resevwa sa ki te pwomèt la.
HEB 11:40 Paske Bondye te ranje yon pi bon pwovizyon pou nou menm pouke apa de nou menm, yo pa ta kapab vin pafè.
HEB 12:1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an,
HEB 12:2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.
HEB 12:3 Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
HEB 12:4 Nou poko reziste jis rive pou rann san nan lit nou kont peche.
HEB 12:5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo: “Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a, ni vin febli lè nou korije pa Li;
HEB 12:6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo, e Li fwete tout fis ke L resevwa.”
HEB 12:7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin?
HEB 12:8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.
HEB 12:9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv?
HEB 12:10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.
HEB 12:11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.
HEB 12:12 Konsa ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo,
HEB 12:13 epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.
HEB 12:14 Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a.
HEB 12:15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi.
HEB 12:16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen san Bondye tankou Esaü ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje.
HEB 12:17 Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.
HEB 12:18 Paske nou pa t vin kote yon mòn ki kapab touche e ki t ap flanbe, ni a tenèb, fènwa, ak tanpèt
HEB 12:19 ni a gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò.
HEB 12:20 Paske yo pa t kapab sipòte dekrè a: “Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.”
HEB 12:21 Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: “Mwen plen lakrent ak tranbleman”.
HEB 12:22 Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole,
HEB 12:23 anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo,
HEB 12:24 epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la.
HEB 12:25 Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la.
HEB 12:26 Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: “Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”
HEB 12:27 Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete.
HEB 12:28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent.
HEB 12:29 Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.
HEB 13:1 Kite lanmou pou frè yo kontinye.
HEB 13:2 Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.
HEB 13:3 Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.
HEB 13:4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
HEB 13:5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”
HEB 13:6 pou nou di avèk konfyans: “Senyè a se soutyen mwen. Mwen p ap pè. Sa lòm ka fè m?”
HEB 13:7 Sonje sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo.
HEB 13:8 Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan.
HEB 13:9 Pa vin pote ale pa doktrin varye e dwòl, paske li bon pou kè a ranfòse pa lagras, men pa ak kalite manje ki pa t bay benefis a sila ki te swiv yo.
HEB 13:10 Nou gen yon lotèl kote sila ki fè sèvis nan tabènak yo pa gen dwa manje.
HEB 13:11 Paske kò a bèt sila yo ki gen san yo, ke Wo Prèt la pote nan lye sen an kòm yon ofrann pou peche yo, dwe brile deyò kan an.
HEB 13:12 Menm jan an, Jésus osi, pou Li te kapab sanktifye pèp la ak pwòp san Li, te soufri deyò pòtay la.
HEB 13:13 Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an pou pote repwòch Li yo.
HEB 13:14 Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.
HEB 13:15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.
HEB 13:16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.
HEB 13:17 Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou.
HEB 13:18 Priye pou nou, paske nou asire ke nou gen yon bon konsyans, nan dezire kondwi tèt nou avèk lonè nan tout bagay.
HEB 13:19 Mwen ankouraje nou menm plis pou fè sa pou mwen kapab vin restore a nou menm pi vit menm.
HEB 13:20 Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an,
HEB 13:21 ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
HEB 13:22 Men mwen ankouraje nou frè m yo, pou sipòte pawòl egzòtasyon sila a, paske mwen ekri nou brèvman.
HEB 13:23 Byen aprann ke frè nou Timothée lage, e mwen va wè nou avèk li menm, si li vini vit.
HEB 13:24 Salye tout lidè nou yo ak tout sen yo. Sila an Italie yo salye nou.
HEB 13:25 Ke lagras rete avèk nou tout.
JAM 1:1 Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.
JAM 1:2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo
JAM 1:3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans.
JAM 1:4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.
JAM 1:5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.
JAM 1:6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an.
JAM 1:7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a,
JAM 1:8 tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.
JAM 1:9 Kite frè ki nan sikonstans ki ba, bay glwa nan wo pozisyon li;
JAM 1:10 e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt.
JAM 1:11 Paske solèy la leve avèk yon gwo chalè, epi zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt.
JAM 1:12 Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.
JAM 1:13 Pa kite pèsòn di lè l tante: “Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn.
JAM 1:14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo.
JAM 1:15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.
JAM 1:16 Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo.
JAM 1:17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.
JAM 1:18 Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.
JAM 1:19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè.
JAM 1:20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.
JAM 1:21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.
JAM 1:22 Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo.
JAM 1:23 Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li nan yon miwa.
JAM 1:24 Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.
JAM 1:25 Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.
JAM 1:26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.
JAM 1:27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
JAM 2:1 Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk patipri.
JAM 2:2 Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak rad sal,
JAM 2:3 epi nou prete atansyon espesyal a sila ki byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”,
JAM 2:4 Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij avèk move lentansyon?
JAM 2:5 Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?
JAM 2:6 Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal.
JAM 2:7 Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?
JAM 2:8 Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.
JAM 2:9 Men si nou montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè.
JAM 2:10 Paske sila ki kenbe tout lalwa a, malgre sa, li tonbe nan yon sèl, li vin koupab de tout.
JAM 2:11 Paske, Sila a ki te di: “Pa fè adiltè” a, Li te di tou: “Pa touye moun”. Alò, si nou pa fè adiltè, men nou touye moun, nou gen tan vin yon transgresè lalwa.
JAM 2:12 Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa lalwa libète a.
JAM 2:13 Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.
JAM 2:14 Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li?
JAM 2:15 Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou,
JAM 2:16 epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi?
JAM 2:17 Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.
JAM 2:18 Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”
JAM 2:19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble.
JAM 2:20 Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke lafwa san zèv vin initil?
JAM 2:21 Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la?
JAM 2:22 Nou wè ke lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, zèv lafwa li a te vin pafè.
JAM 2:23 Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a.
JAM 2:24 Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a.
JAM 2:25 Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesaje yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an?
JAM 2:26 Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou lafwa san zèv deja mouri.
JAM 3:1 Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè.
JAM 3:2 Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.
JAM 3:3 Koulye a si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou.
JAM 3:4 Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito.
JAM 3:5 Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay. Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti!
JAM 3:6 Konsa lang lan se yon dife, yon vre mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
JAM 3:7 Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan.
JAM 3:8 Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.
JAM 3:9 Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun ki fèt ak limaj Bondye.
JAM 3:10 Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.
JAM 3:11 Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la?
JAM 3:12 Èske yon pye fig frans, frè m yo, pwodwi oliv, oubyen yon pye rezen pwodwi fig? Ni dlo sale pa kapab pwodwi dlo fre.
JAM 3:13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
JAM 3:14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a.
JAM 3:15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik.
JAM 3:16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
JAM 3:17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.
JAM 3:18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.
JAM 4:1 Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo?
JAM 4:2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande.
JAM 4:3 Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.
JAM 4:4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
JAM 4:5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”
JAM 4:6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”
JAM 4:7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.
JAM 4:8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
JAM 4:9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès.
JAM 4:10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.
JAM 4:11 Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li.
JAM 4:12 Gen yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?
JAM 4:13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.”
JAM 4:14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt.
JAM 4:15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
JAM 4:16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste.
JAM 4:17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.
JAM 5:1 Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo.
JAM 5:2 Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit.
JAM 5:3 Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a!
JAM 5:4 Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.
JAM 5:5 Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa.
JAM 5:6 Nou te kondane e mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.
JAM 5:7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo.
JAM 5:8 Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.
JAM 5:9 Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.
JAM 5:10 Frè m yo, pran pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans.
JAM 5:11 Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.
JAM 5:12 Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.
JAM 5:13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj.
JAM 5:14 Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a.
JAM 5:15 Konsa, priyè ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone.
JAM 5:16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri. Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.
JAM 5:17 Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa.
JAM 5:18 Answit, li te priye ankò, epi syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.
JAM 5:19 Frè m yo si yon moun pami nou vin egare e kite verite a, men yon lòt fè l retounen,
JAM 5:20 fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.
1PE 1:1 Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila ki chwazi davans yo,
1PE 1:2 selon konesans davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.
1PE 1:3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a
1PE 1:4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou
1PE 1:5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.
1PE 1:6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv,
1PE 1:7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.
1PE 1:8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa
1PE 1:9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.
1PE 1:10 Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo,
1PE 1:11 pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.
1PE 1:12 Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.
1PE 1:13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a—
1PE 1:14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan,
1PE 1:15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou.
1PE 1:16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”
1PE 1:17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
1PE 1:18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo,
1PE 1:19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm.
1PE 1:20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm
1PE 1:21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
1PE 1:22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè,
1PE 1:23 paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.
1PE 1:24 Paske: “Tout chè tankou zèb, e tout laglwa li tankou flè zèb la. Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,
1PE 1:25 men pawòl Senyè a dire pou tout tan.” E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.
1PE 2:1 Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang
1PE 2:2 epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali,
1PE 2:3 si vrèman nou te goute dousè a Senyè a.
1PE 2:4 Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.
1PE 2:5 Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.
1PE 2:6 Paske sa twouve nan Lekriti sen an: “Byen gade, Mwen poze nan Sion yon wòch byen chwazi, yon wòch kwen prensipal la, e sila ki kwè nan Li a p ap wont.”
1PE 2:7 Alò, valè presye sila a, se pou nou menm ki kwè, men pou sila ki pa kwè yo: “Wòch ke bòs mason yo te rejte a, sa te devni vre wòch ang lan.”
1PE 2:8 Epi: “yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.” Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.
1PE 2:9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.
1PE 2:10 Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.
1PE 2:11 Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan.
1PE 2:12 Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.
1PE 2:13 Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite
1PE 2:14 oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo.
1PE 2:15 Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.
1PE 2:16 Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye.
1PE 2:17 Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.
1PE 2:18 Sèvitè, se pou nou soumèt a mèt nou avèk tout respè, non sèlman a sila ki bon e dous yo, men osi a sila ki difisil yo.
1PE 2:19 Paske sa jwenn favè, si yon nonm, pou koz a konsyans anvè Bondye, sipòte afliksyon ki enjis.
1PE 2:20 Paske ki glwa ki genyen si, lè nou peche e yo trete nou sevèman, nou andire li avèk pasyans? Men si lè nou fè sa ki bon e soufri pou li, nou andire li avèk pasyans, sa twouve favè devan Bondye.
1PE 2:21 Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,
1PE 2:22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a.
1PE 2:23 Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.
1PE 2:24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.
1PE 2:25 Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.
1PE 3:1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo,
1PE 3:2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.
1PE 3:3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad;
1PE 3:4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye.
1PE 3:5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo.
1PE 3:6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.
1PE 3:7 Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.
1PE 3:8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.
1PE 3:9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.
1PE 3:10 Paske: “Sila ki dezire lavi a, pou renmen e wè anpil jou ki bon, dwe gade lang li kont sa ki mal e lèv li kont bay manti.
1PE 3:11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon; kite li chache lapè e pouswiv li.
1PE 3:12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo, e zòrèy Li atantif a lapriyè yo; men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”
1PE 3:13 Kilès ki kapab fè nou mal si nou montre zèl pou sa ki bon?
1PE 3:14 Men menmsi nou ta soufri pou koz a ladwati, nou beni. Pa pè entimidasyon pa yo, e pa twouble.
1PE 3:15 Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.
1PE 3:16 Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont.
1PE 3:17 Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.
1PE 3:18 Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a.
1PE 3:19 Ladann, Li te osi ale fè pwoklamasyon a lespri nan prizon yo.
1PE 3:20 Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.
1PE 3:21 Sa se yon modèl parèy ak batèm, ki koulye a ap sove nou—pa akoz li retire salte sou kò a, men akoz yon angajman anvè Bondye pou gen yon bon konsyans pa rezirèksyon a Jésus Kri a.
1PE 3:22 Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.
1PE 4:1 Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche,
1PE 4:2 pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
1PE 4:3 Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
1PE 4:4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou.
1PE 4:5 Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak mò yo a.
1PE 4:6 Paske pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.
1PE 4:7 Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.
1PE 4:8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.
1PE 4:9 Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.
1PE 4:10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.
1PE 4:11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
1PE 4:12 Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou.
1PE 4:13 Men nan menm degre ke nou pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa.
1PE 4:14 Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.
1PE 4:15 Fè si ke okenn nan nou pa soufri kòm asasen, vòlè, oswa yon malfektè, ni yon moun k ap simen latwoublay;
1PE 4:16 Men, si yon moun soufri kòm yon Kretyen (yon moun k ap adore Kris), li pa dwe wont, men li dwe glorifye Bondye nan non sila a.
1PE 4:17 Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?
1PE 4:18 Epi si se avèk difikilte ke moun jis yo sove, kisa ki va rive nonm ki san Bondye a, ak pechè a?
1PE 4:19 Konsa, sila yo osi ki soufri selon volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòm yon Kreyatè Fidèl.
1PE 5:1 Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a,
1PE 5:2 se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi.
1PE 5:3 Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an.
1PE 5:4 Epi lè Chèf Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.
1PE 5:5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.
1PE 5:6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
1PE 5:7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
1PE 5:8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.
1PE 5:9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.
1PE 5:10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.
1PE 5:11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.
1PE 5:12 Avèk èd Silvain, frè fidèl nou yo (se konsa mwen panse sou li) mwen ekri nou an brèf, pou ankouraje nou e bannou temwayaj ke sa se vre gras a Bondye a. Kanpe fèm ladann!
1PE 5:13 Madanm ki Babylone nan, ki te chwazi ansanm avèk nou an, voye bannou salitasyon li, tankou fis mwen an Marc tou.
1PE 5:14 Salye youn lòt avèk yon bo lanmou. Lapè avèk nou tout ki nan Kris la.
2PE 1:1 Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa yon lafwa menm jan ak nou yo, pa ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri:
2PE 1:2 Ke lagras ak lapè vin miltipliye a nou menm nan konesans a Bondye ak Jésus, Senyè nou an,
2PE 1:3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li.
2PE 1:4 Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.
2PE 1:5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans.
2PE 1:6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete.
2PE 1:7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.
2PE 1:8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri.
2PE 1:9 Paske, sila ki manke kalite sa yo avèg oswa pa wè klè, akoz li bliye ke li te netwaye de ansyen peche li yo.
2PE 1:10 Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe.
2PE 1:11 Paske lè nou aji nan fason sa a, antre nan wayòm etènèl Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri, va toujou disponib a nou menm an abondans.
2PE 1:12 Konsa, mwen va toujou prè pou fè nou sonje bagay sa yo, malgre nou deja konnen yo, e etabli nan verite ki deja la avèk nou an.
2PE 1:13 Paske mwen konsidere li bon, toutotan mwen ap demere nan kay tèrès sila a, pou vire memwa nou pou fè nou sonje,
2PE 1:14 avèk konesans ke moman pou mete akote kay tèrès mwen an toupre kòm osi Jésus Kri te fè m byen konprann nan.
2PE 1:15 Konsa, mwen va osi fè dilijans pou nenpòt lè m fin ale, nou kapab toujou sonje bagay sa yo.
2PE 1:16 Paske nou pa t swiv vye listwa koken lè nou te fè nou konnen pwisans ak retou a Senyè nou an, Jésus Kri, men zye nou te temwen majeste Li.
2PE 1:17 Paske, lè Li te resevwa laglwa ak lonè Bondye, Papa a, yon pawòl konsa te fèt a Li pa Laglwa Majeste a: “Sa se Fis byeneme Mwen an; avèk Li, Mwen byen kontan.”
2PE 1:18 Epi nou menm te tande pawòl sa yo, fèt depi nan syèl la, lè nou te avèk Li sou mòn sen an.
2PE 1:19 Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e zetwal granmmaten an leve nan kè nou.
2PE 1:20 Men konnen sa davans, ke nanpwen pwofesi nan lekriti sen an ki sijè a pwòp entèpretasyon prive.
2PE 1:21 Paske okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye.
2PE 2:1 Men fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo.
2PE 2:2 Anpil va swiv vi sansyèl yo, e akoz de yo, chemen laverite a va meprize.
2PE 2:3 Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.
2PE 2:4 Paske si Bondye pa t epagne zanj yo lè yo te peche a, men te voye yo nan labim tenèb ki te rezève pou jijman an;
2PE 2:5 epi pa t epagne ansyen mond lan, men te prezève Noé, yon predikatè ladwati, avèk sèt lòt, lè Li te voye yon delij sou mond konwonpi a,
2PE 2:6 epi si Li te kondane vil Sodome ak Gomorrhe pou destriksyon e te redwi yo an sann, epi te fè yo yon egzanp pou sila ki ta vin mennen yon vi san Bondye pi devan yo;
2PE 2:7 epi si li te delivre Lot ki te yon nonm ladwati, oprime pa sansyalite a mesye san prensip yo,
2PE 2:8 (paske pa sa ke li te wè e tande nonm ladwati sila a, pandan li t ap viv pami yo, te santi nanm dwat li a te toumante jou apre jou pa zèv san règ ni lwa yo.)
2PE 2:9 Alò Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun Li yo de tantasyon, e pou kenbe mechan an anba pinisyon pou jou jijman an.
2PE 2:10 Sitou sila ki satisfè lachè a nan dezi konwonpi li yo, e ki meprize otorite. Plen kouraj e awogan, yo pa menm tranble lè yo ensilte zanj majeste yo,
2PE 2:11 malgre zanj ki pi gran an pwisans ak pouvwa yo pa janm pote yon move jijman kont yo devan Senyè a.
2PE 2:12 Men sa yo, tankou bèt san rezon, fèt tankou kreyati ki aji san refleksyon, ki fèt pou kapte e touye, ki mal pale kote yo pa gen konesans, va osi detwi nan destriksyon a kreyati sila yo.
2PE 2:13 Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou.
2PE 2:14 Ak zye plen adiltè ki pa janm sispann fè peche, yo sedwi nanm ki pa stab yo. Kè yo ki antrene pou lanvi tout bagay, se pitit madichon yo ye.
2PE 2:15 Nan abandone bon chemen an, yo vin egare pou swiv chemen Balaam, fis Bosor a, ki te renmen salè inikite yo.
2PE 2:16 Men li te resevwa yon repwòch pou pwòp transgresyon li. Paske yon bourik bèbè te pale avèk vwa yon moun, e te mete fren a foli a pwofèt la.
2PE 2:17 Sa yo se sous san dlo e nyaj ki pouse pa yon van tanpèt pou sila tenèb fènwa fin rezève nèt la.
2PE 2:18 Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo,
2PE 2:19 k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske sa ki domine yon moun, fè l vin esklav.
2PE 2:20 Paske si, apre yo fin chape de tout bagay sal mond sa a pa konesans Senyè ak Sovè a Jésus Kri, yo bwouye ladan yo ankò e vin simonte dènye eta yo a vin pi mal pase premye a.
2PE 2:21 Paske li ta pi bon pou yo pa t konnen chemen ladwati a, olye yo vin konnen l, pou vire kite kòmandman sen ki te livre a yo menm nan.
2PE 2:22 Men sa ki vin rive a yo menm selon vre pwovèb la: “Yon chen retounen a pwòp vomisman l” epi “gwo manman kochon an, lè l fin benyen, li retounen woule kò l nan labou a.”
2PE 3:1 Sa se koulye a, byeneme yo, dezyèm lèt ke m ekri nou an. Ladann mwen ap eseye kiltive nan nou kèk refleksyon serye, pou fè nou sonje,
2PE 3:2 pou nou kab sonje pawòl ki te pale oparavan pa pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo.
2PE 3:3 Konnen sa dabò, ke nan dènye jou yo mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo,
2PE 3:4 epi yo va di: “Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”
2PE 3:5 Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te fòme avèk dlo e pa dlo.
2PE 3:6 Pa dlo sa a mond lan te detwi, lè l vin kouvri avèk dlo.
2PE 3:7 Men, pa pawòl Li syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo.
2PE 3:8 Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou.
2PE 3:9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
2PE 3:10 Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
2PE 3:11 Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl?
2PE 3:12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a!
2PE 3:13 Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.
2PE 3:14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot.
2PE 3:15 Konsidere pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a,
2PE 3:16 kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.
2PE 3:17 Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou.
2PE 3:18 Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri. A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.
1JO 1:1 Sa ki te ye depi kòmansman an, sa ke nou te tande, sa ke nou te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a;
1JO 1:2 epi lavi te vin parèt pou l vizib e nou te wè l, epi tande l, epi pwoklame a nou menm lavi etènèl la, ki te avèk Papa a, epi te fè parèt byen klè a nou.
1JO 1:3 Sa ke nou te wè epi tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri.
1JO 1:4 Epi bagay sa yo nou ekri, pou lajwa nou kapab vin konplèt.
1JO 1:5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.
1JO 1:6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a.
1JO 1:7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.
1JO 1:8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou.
1JO 1:9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
1JO 1:10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
1JO 2:1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la.
1JO 2:2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.
1JO 2:3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo.
1JO 2:4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li.
1JO 2:5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li:
1JO 2:6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.
1JO 2:7 Byeneme yo, mwen p ap ekri yon kòmandman nèf a nou, men yon ansyen kòmandman ke nou te gen depi kòmansman an. Lansyen kòmandman an se pawòl ke nou te tande depi kòmansman an.
1JO 2:8 Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki vrè nan Li, epi nan nou, paske tenèb la ap pase, epi vrè limyè a ap briye deja.
1JO 2:9 Sila ki di ke li nan limyè a, men rayi frè l, li nan tenèb la jiska prezan.
1JO 2:10 Sila ki renmen frè l la, li nan limyè a, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li.
1JO 2:11 Men sila ki rayi frè l la, li nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap prale, paske tenèb la fin fè l avèg.
1JO 2:12 M ap ekri nou, ti moun yo, paske peche nou yo gen tan padonnen pou kòz a non Li.
1JO 2:13 M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jenn nonm yo, paske nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou ti moun yo, paske nou konnen Papa a.
1JO 2:14 Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a rete nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan an.
1JO 2:15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li.
1JO 2:16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa.
1JO 2:17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.
1JO 2:18 Pitit yo, se dènye lè. Menm jan ke nou te tande ke antikris la ap vini menm koulye a anpil antikris yo gen tan leve. Pou sa, nou konnen ke se dènye lè.
1JO 2:19 Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.
1JO 2:20 Men nou menm gen onksyon an ki sòti nan Sila ki Sen an, epi nou tout konnen sa.
1JO 2:21 Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm sòti nan laverite a.
1JO 2:22 Kilès k ap manti, sòf ke li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la.
1JO 2:23 Sila ki demanti Fis la pa gen Papa a. Sila ki konfese Fis la, anplis, gen Papa a.
1JO 2:24 Pou nou menm, kite sa ke nou te tande depi kòmansman an demere nan nou. Si sa nou te tande depi kòmansman an demere nan nou, nou va osi rete nan Fis la, ak Papa a.
1JO 2:25 Epi sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl.
1JO 2:26 Bagay sa yo mwen te ekri nou konsènan sa yo ki ta eseye pase nou nan desepsyon.
1JO 2:27 Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.
1JO 2:28 Epi koulye a, ti moun yo, rete nan Li, jis pou lè L vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini.
1JO 2:29 Si nou konnen ke Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati ne de Li.
1JO 3:1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ti moun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
1JO 3:2 Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a.
1JO 3:3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
1JO 3:4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa.
1JO 3:5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche.
1JO 3:6 Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn moun ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
1JO 3:7 Ti moun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a jis, menm jan ke Li jis la.
1JO 3:8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
1JO 3:9 Nanpwen pèsòn ki ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye.
1JO 3:10 Konsa, konnen ke pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li a.
1JO 3:11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman an ke nou dwe renmen youn lòt.
1JO 3:12 Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan an, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa a frè l yo te jis.
1JO 3:13 Pa etone, frè yo, si lemonn rayi nou.
1JO 3:14 Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
1JO 3:15 Nenpòt moun ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl la anndan li.
1JO 3:16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo.
1JO 3:17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li?
1JO 3:18 Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
1JO 3:19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:
1JO 3:20 si kè nou kondane nou, Bondye bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
1JO 3:21 Byeneme yo, si kè nou pa kondane nou, nou gen konfyans devan Bondye.
1JO 3:22 Pou sa a, nenpòt sa ke nou mande, nou va resevwa l de Li, paske nou kenbe kòmandman Li yo, epi fè bagay ki fè plezi devan zye Li yo.
1JO 3:23 Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen youn lòt, kon Li te kòmande nou an.
1JO 3:24 Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
1JO 4:1 Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.
1JO 4:2 Konsa, nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye:
1JO 4:3 Epi chak lespri ki pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou sila ke nou te tande ki t ap vini an, epi koulye a ki deja nan lemonn lan.
1JO 4:4 Ti moun yo, nou a Bondye, epi nou te venk lespri sa ki fo a, paske pi gran an se Li ki nan nou an, pase li ki nan lemonn nan.
1JO 4:5 Yo sòti nan lemonn. Akoz sa yo pale tankou lemonn, epi lemonn koute yo.
1JO 4:6 Nou a Bondye: sila ki konnen Bondye a va koute nou. Sila ki pa a Bondye a p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri a sa ki fo a.
1JO 4:7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye.
1JO 4:8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.
1JO 4:9 Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.
1JO 4:10 Men lanmou an; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).
1JO 4:11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.
1JO 4:12 Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou.
1JO 4:13 Se konsa nou konnen ke nou rete nan Li epi Li nan nou, paske Li te bay nou Lespri Li.
1JO 4:14 Konsa, nou gen tan wè epi fè temwen ke Papa a te voye Fis la kòm Sovè lemonn an.
1JO 4:15 Nenpòt moun ki konfese ke Jésus se Fis Bondye a, Bondye rete nan li, epi li nan Bondye.
1JO 4:16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou. Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li.
1JO 4:17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
1JO 4:18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.
1JO 4:19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
1JO 4:20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè.
1JO 4:21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.
1JO 5:1 Nenpòt mounki kwè ke Jésus se Kris la, li ne a Bondye. Nenpòt moun ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li a.
1JO 5:2 Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo.
1JO 5:3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.
1JO 5:4 Paske nenpòt moun ki ne de Bondye ap venk lemonn. Men viktwa ki venk lemonn nan—-lafwa nou.
1JO 5:5 Kilès sila ki venk lemonn nan, sòf ke li ki kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?
1JO 5:6 Se Sila ki vini pa dlo ak san an, Jésus Kri; pa sèlman avèk dlo, men avèk dlo ak san. Se Lespri ki pote temwayaj la, akoz se Lespri a ki verite.
1JO 5:7 Paske gen twa ki bay temwayaj;
1JO 5:8 Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo an akò kon yon sèl.
1JO 5:9 Si nou resevwa temwayaj a lòm, temwayaj Bondye a pi gran. Paske temwayaj Bondye a se sa; ke Li te pote temwayaj konsènan Fis Li a.
1JO 5:10 Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan gen temwayaj nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye a te fè L vin yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwayaj ke Bondye pote konsènan Fis Li a.
1JO 5:11 Temwayaj la se sa: ke Bondye te bay nou lavi etènèl la, epi lavi sila se nan Fis Li a.
1JO 5:12 Li ki gen Fis la, gen lavi. Li ki pa gen Fis a Bondye a pa gen lavi.
1JO 5:13 Bagay sa yo mwen ekri a nou ki kwè nan non a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a.
1JO 5:14 Sa se konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou.
1JO 5:15 Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li a.
1JO 5:16 Si nenpòt moun wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila.
1JO 5:17 Tout inikite se peche, epi gen peche ki pa mennen a lanmò.
1JO 5:18 Nou konnen ke okenn moun ki ne a Bondye pa fè peche; men Li ki te ne de Bondye a kenbe li menm, epi mechan an p ap touche li.
1JO 5:19 Nou konnen ke nou menm nou se a Bondye, epi tout lemonn rete nan pwisans a mechan an.
1JO 5:20 Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè a. Konsa, nou nan Li ki se vrè a, nan Fis Li a , Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.
1JO 5:21 Ti moun yo, veye nou kont zidòl yo.
2JO 1:1 Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki konnen laverite yo,
2JO 1:2 pou koz laverite a, ki rete nan nou, e ki va avèk nou jis pou tout tan:
2JO 1:3 Lagras, mizerikòd, ak lapè va avèk nou, ki sòti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri, Fis a Papa a, nan verite, ak nan lanmou.
2JO 1:4 Mwen te tèlman kontan pou twouve kèk nan timoun ou yo ki t ap mache nan laverite a, jis jan ke Papa a te kòmande nou fè a.
2JO 1:5 Konsa, koulye a mwen mande ou, madanm, pa tankou mwen t ap ekri yon kòmandman tounèf, men menm sila ke nou te gen depi nan kòmansman an, pou nou renmen youn lòt.
2JO 1:6 Men sa se lanmou, pou nou mache selon kòmandman Li yo. Sa se kòmandman an, jis jan ke ou te tande li depi nan kòmansman an, pou ou ta mache nan li.
2JO 1:7 Paske anpil sediktè gen tan antre nan mond lan, sa yo ki pa rekonèt ke Jésus Kri te vini nan lachè a. Sila a se sediktè a, ak antikris la.
2JO 1:8 Veye nou menm pou nou pa pèdi sa ke nou gen tan fin reyalize a, men pou nou resevwa tout rekonpans lan.
2JO 1:9 Nenpòt moun ki fin ale byen lwen e ki pa kontinye nan doktrin Kris la, pa gen Bondye. Sila ki rete nan doktrin nan, li gen ni Papa a, ni Fis la.
2JO 1:10 Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li,
2JO 1:11 paske sila ki salye li a patisipe nan zak malveyan li yo.
2JO 1:12 Malgre ke mwen gen anpil bagay pou m ta ekri nou, mwen pa vle fè sa avèk papye ak lank; men mwen espere ke m va vini a nou menm pou nou pale fasafas, jis pou jwa nou kapab vin akonpli.
2JO 1:13 Pitit a sè chwazi yo salye nou. Amen
3JO 1:1 Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite.
3JO 1:2 Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou a an bòn sante.
3JO 1:3 Paske mwen te tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwayaj a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a.
3JO 1:4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.
3JO 1:5 Byeneme, ou ap aji fidèlman nan tout sa ou acheve pou frè yo, sitou lè se moun ou pa rekonèt yo.
3JO 1:6 Yo pote temwayaj lanmou ou devan legliz la. Konsa, ou va fè byen pou voye yo sou wout yo nan yon jan ki gen merit devan Bondye.
3JO 1:7 Paske yo te sòti pou kòz a Non an, san aksepte anyen nan men etranje yo.
3JO 1:8 Nou dwe bay soutyen a moun tankou sa yo, pou nou kapab ouvriye parèy a yo nan laverite a.
3JO 1:9 Mwen te ekri yon bagay a legliz la, men Diotrèphe ki renmen premye pami tout, pa aksepte sa nou te pale a.
3JO 1:10 Pou rezon sa, mwen va atire atansyon a zak sa yo ke li fè, lè l akize nou san jistis avèk pawòl yo ki mechan. Pa menm satisfè avèk sa li refize resevwa frè yo, epi li refize sa yo ki ta vle fè sa, epi mete yo deyò legliz la.
3JO 1:11 Zanmi mwen yo pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye.
3JO 1:12 Démétrius te resevwa yon bon temwayaj a tout moun, epi osi selon menm laverite a; epi nou mete temwayaj nou sou sa, epi ou konnen ke temwayaj nou vrè.
3JO 1:13 Mwen te gen anpil bagay pou ekri nou, men mwen pa vle ekri yo avèk plim ak lank;
3JO 1:14 men mwen espere ke mwen va wè nou toutalè, epi nou va pale fasafas.
3JO 1:15 Lapè swat avèk nou. Zanmi yo salye nou. Salye zanmi yo pa pwòp non yo.
JUD 1:1 Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè a Jacques la, ekri a sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki konsève pou Jésus Kri.
JUD 1:2 Ke mizerikòd, lapè, ak lanmou kapab ogmante anvè nou.
JUD 1:3 Byeneme yo, pandan mwen t ap fè tout efò pou ekri nou selon delivrans ke nou pataje ansanm, mwen te sanse ke m te bezwen ekri nou epi plede avèk nou ke nou lite fò pou lafwa ki te delivre yon fwa pou tout a sen yo.
JUD 1:4 Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi rejte sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.
JUD 1:5 Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè.
JUD 1:6 Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandone pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman nan gran jou a.
JUD 1:7 Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, te prezante kon yon egzanp, e te pase nan pinisyon dife etènèl la.
JUD 1:8 Malgre sa, moun sa yo fè menm bagay la. Ak rèv ke yo fè, yo souye lachè a, rejte otorite a, epi meprize zanj majestik yo.
JUD 1:9 Men lakanj Michel, lè li te defye dyab la, epi te dispite sou kò Moise la, pa t menm tante pwononse yon jijman cho, men te di “Ke Bondye bay ou repwòch.”
JUD 1:10 Men moun sa yo meprize sa ke yo pa menm konprann. Konsa, se pa bagay yo ke yo konnen pa ensten, kon bèt ki pa ka menm rezone, ke yo vin detwi.
JUD 1:11 Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Koré a.
JUD 1:12 Moun sa yo se resif yo k ap kache nan fèt lanmou sen nou yo, lè yo vin fète avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van, bwa sezon fredi, san fwi, de fwa mò, dechouke menm;
JUD 1:13 volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite enpirite; zetwal eran pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.
JUD 1:14 Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye a moun sen pa Li yo,
JUD 1:15 pou egzekite jijman sou tout, epi pou rannkont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè san fwa yo te pale kont Li.”
JUD 1:16 Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fòt, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flate moun, pou yo kapab gen yon avantaj.
JUD 1:17 Men nou, byeneme yo dwe sonje pawòl yo ki te pale oparavan pa apot a Senyè nou yo, Jésus Kri
JUD 1:18 ke yo t ap di a nou ke “Nan dènye tan yo, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.”
JUD 1:19 Se sa yo ki lakòz a divizyon yo, moun k ap reflechi kon lemonn, ki san Lespri a.
JUD 1:20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an.
JUD 1:21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl.
JUD 1:22 Fè mizerikòd sou kèk moun k ap doute,
JUD 1:23 sove lòt yo. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad ki te salè pa lachè.
JUD 1:24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa,
JUD 1:25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.
REV 1:1 Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean,
REV 1:2 ki te temwaye pawòl Bondye a, ak temwayaj Jésus Kri a, menm a tout sa li te wè yo.
REV 1:3 Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. Paske tan an pwòch.
REV 1:4 Jean, a sèt legliz ki an Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an;
REV 1:5 e nan Jésus Kri, temwen fidèl la, premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo. A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li—
REV 1:6 epi Li te fè nou vin yon Wayòm, prèt a Bondye e Papa Li a. A Li menm laglwa, ak règn pou tout tan e pou tout tan. Amen.
REV 1:7 Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.
REV 1:8 “Mwen se Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”
REV 1:9 Mwen, Jean, frè nou, ki patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.
REV 1:10 Mwen te nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa tankou son a yon twonpèt,
REV 1:11 ki t ap di: “Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”
REV 1:12 Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè sèt chandelye ki fèt an lò.
REV 1:13 Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò.
REV 1:14 Tèt Li ak cheve Li te blan tankou lèn blanch, tankou lanèj. Zye li te tankou yon flanm dife.
REV 1:15 Pye Li te tankou bwonz cho lè l chofe nan fou, epi vwa l te tankou bri anpil dlo.
REV 1:16 Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon nepe file de bò te sòti nan bouch Li. Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.
REV 1:17 Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a,
REV 1:18 e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.
REV 1:19 “Konsa, ekri bagay ke ou gen tan wè yo, bagay ki la yo, ak bagay ki va rive pi devan an.
REV 1:20 Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”
REV 2:1 “A zanj nan legliz Éphèse la, ekri: Sila ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat Li a, Sila ki mache pami sèt chandelye fèt an lò yo, di sa a:
REV 2:2 “Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo.
REV 2:3 Nou gen pèseverans ak andirans pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.
REV 2:4 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou kite premye lanmou nou an.
REV 2:5 Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti.
REV 2:6 Poutan nou genyen sa a, ke nou rayi zèv Nikolayityen yo, ke Mwen menm, Mwen rayi tou.
REV 2:7 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.
REV 2:8 “A zanj legliz Smyrne lan, ekri: Premye ak dènye a, ki te mouri an, e ki te retounen a lavi a, di sa a:
REV 2:9 Mwen konnen tribilasyon ak povrete nou (men nou rich); epi blasfèm pa sila ki di yo se Jwif men ki pa sa yo, men ki se yon sinagòg pou Satan.
REV 2:10 “Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.
REV 2:11 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. Sila ki venkè a, p ap soufri donmaj pa dezyèm lanmò a.
REV 2:12 “A zanj legliz nan Pergame nan, ekri: Sila a ki gen nepe file de bò a, di sa a:
REV 2:13 Mwen konnen kote nou rete, kote twòn a Satan an ye. Nou kenbe fèm nan Non Mwen, e nou pa t nye lafwa nan Mwen an, menm nan jou Antipas yo, temwen Mwen an, fidèl Mwen an, ki te touye pami nou, kote Satan rete a.
REV 2:14 “Men Mwen gen kèk bagay kont nou; paske nou gen la kèk moun ki kenbe nan ansèyman Balaam, ki te ansenye Balak pou mete yon wòch chite devan fis Israël yo, pou manje bagay ki te sakrifye a zidòl e komèt zak imoral.
REV 2:15 Konsa tou, nou gen kèk moun ki, nan menm jan an, k ap kenbe sou ansèyman Nikolayityen yo.
REV 2:16 “Konsa, repanti; sinon, Mwen va vini kote nou vit, e Mwen va fè lagè kont yo avèk nepe a bouch Mwen an.
REV 2:17 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la.
REV 2:18 “A zanj a legliz nan Thyatire a, ekri: Fis Bondye a, ki gen zye tankou yon flanm dife a e pye tankou bwonz poli a, di sa a:
REV 2:19 Mwen konnen zèv nou yo, lanmou nou, lafwa, sèvis, ak pèseverans, e ke zèv nou dènye tan sa yo pi gran pase avan yo.
REV 2:20 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou tolere fanm Jézabel la, ki rele tèt li pwofetès, e ki ansenye pou fè egare sèvitè Mwen yo, pou yo kab komèt vye zak imoral e manje bagay sakrifye a zidòl.
REV 2:21 Mwen te ba li tan pou repanti, e li pa vle repanti de imoralite li yo.
REV 2:22 “Gade byen, Mwen va jete li sou yon kabann plen maladi, e sila ki fè adiltè yo avèk li nan gran tribilasyon an, amwenske yo repanti de zèv li yo.
REV 2:23 Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.
REV 2:24 “Men Mwen di nou, rès moun ki nan Thyatire yo, ki pa kenbe a doktrin sila a, ki pa t konnen bagay pwofon a Satan yo, jan yo rele yo a, Mwen pa mete lòt fado sou nou.
REV 2:25 Sepandan kenbe fèm a sa nou genyen an jiskaske M vini.
REV 2:26 “Sila ki venkè a, e sila ki kenbe zèv Mwen yo jiska lafen an, a li menm Mwen va bay otorite sou nasyon yo.
REV 2:27 Li va gouvène yo avèk yon baton fè, tankou veso ajil ki vin kraze an mòso, jan Mwen menm te resevwa otorite soti nan Papa M nan;
REV 2:28 epi Mwen va ba li zetwal maten an.
REV 2:29 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo”.
REV 3:1 “A zanj legliz nan Sardes la, ekri: Sila ki gen sèt Lespri Bondye ak sèt zetwal yo, di sa a: Mwen konnen zèv nou yo, ke nou gen repitasyon ke nou vivan, men nou mouri.
REV 3:2 Reveye nou, e ranfòse bagay ki rete yo, ke ou te prèt pou jete deyò; paske Mwen pa twouve zèv nou yo konplè nan zye Bondye.
REV 3:3 Donk, sonje sa nou te resevwa e tande a. Kenbe l e repanti. Konsa, si nou pa reveye nou, Mwen va vini tankou yon vòlè, e nou p ap konnen a kilè Mwen va vini sou nou an.
REV 3:4 “Men nou gen kèk moun nan Sardes ki pa t sal vètman yo. Yo va mache avèk Mwen abiye an blan, paske yo dign de sa.
REV 3:5 “Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.
REV 3:6 Sila ki gen yon zòrèy, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo.
REV 3:7 “A zanj legliz nan Philadelphie a, ekri: Sila ki sen an, ki vre a, ki gen kle David la, k ap louvri pou pèsòn p ap ka fèmen l, e ki fèmen pou pèsòn p ap ka louvri a, di konsa:
REV 3:8 Mwen konnen zèv nou yo. Gade byen, Mwen mete devan nou yon pòt louvri ke pèsòn pa kab fèmen, paske nou gen yon ti pouvwa, epi nou te kenbe pawòl Mwen, e pa t nye non Mwen.
REV 3:9 Gade byen, Mwen va koze sila ki nan sinagòg Satan yo, ki di ke yo se Jwif, men ki pa sa a, kap manti—Mwen va fè yo vin bese nan pye nou, e fè yo konnen ke Mwen renmen nou.
REV 3:10 “Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.
REV 3:11 “Mwen ap vini vit! Kenbe fèm a sa nou genyen an, jis pou pèsòn pa rache kouwòn nou an.
REV 3:12 “Sila ki venkè a, Mwen va fè li vin yon pilye nan tanp a Bondye Mwen an. Konsa, li p ap sòti deyò ankò, e Mwen va ekri sou li non a Bondye Mwen an, ak non a gran vil Bondye Mwen an, Jérusalem tounèf la, ki desann soti nan syèl, de Bondye Mwen, avèk non tounèf Mwen an.
REV 3:13 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.
REV 3:14 “A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vre Temwen an, Kòmansman kreyasyon Bondye a, di konsa:
REV 3:15 Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.
REV 3:16 “Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen.
REV 3:17 Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.
REV 3:18 “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.
REV 3:19 “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.
REV 3:20 “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.
REV 3:21 “Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.
REV 3:22 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.
REV 4:1 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: “Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”
REV 4:2 La menm, mwen te nan Lespri a. Epi gade byen, yon twòn te kanpe nan syèl la, e yon moun te chita sou twòn nan.
REV 4:3 Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn. Konsa, te gen yon lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd.
REV 4:4 Ozanviwon de twòn lan se te venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo.
REV 4:5 Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo.
REV 4:6 Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè.
REV 4:7 Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè.
REV 4:8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”
REV 4:9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an,
REV 4:10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di:
REV 4:11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”
REV 5:1 Mwen te wè nan men dwat a Sila ki te chita sou twòn lan, yon liv ki te ekri pa anndan kou pa deyò, sele avèk sèt so.
REV 5:2 Mwen te wè yon zanj pwisan ki t ap pwoklame nan yon vwa fò: “Kilès ki dign pou louvri liv la, e kase so li yo?”
REV 5:3 Men pèsòn nan syèl la, sou tè a, oubyen anba tè a pa t kapab ouvri liv la oubyen gade ladann.
REV 5:4 Alò, mwen te kòmanse kriye anpil, paske pèsòn pa t dign pou louvri liv la oubyen pou gade ladann.
REV 5:5 Epi youn nan ansyen yo te di m: “sispann kriye; gade byen, Lyon an ki sòti nan tribi Juda a, Rasin a David la, te vin venkè. Li k ap ouvri liv la ak sèt so li yo.”
REV 5:6 Konsa, mwen te wè antre twòn lan, avèk kat kreyati vivan, ak lansyen yo, yon Jèn Mouton te kanpe, kòmsi li te touye deja, avèk sèt kòn aksèt zye, ki se sèt Lespri a Bondye yo, ki te voye sou tout tè a.
REV 5:7 Li te vini, Li te pran liv la nan men dwat a Sila ki te chita sou twòn lan.
REV 5:8 Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo.
REV 5:9 Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di: “Dign se Ou menm pou pran liv la, e kase so li yo. Paske Ou te touye, e Ou te achte pou Bondye avèk san Ou; lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.
REV 5:10 Ou te fè nou vin wa ak prèt yo a Bondye nou an; epi nou va renye sou tè a.”
REV 5:11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye,
REV 5:12 k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”
REV 5:13 Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”
REV 5:14 Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.
REV 6:1 Alò, mwen te wè lè Jèn Mouton an te kase youn nan sèt so yo, e mwen te tande youn nan kat kreyati vivan yo t ap di avèk yon vwa tankou tonnè “Vini”.
REV 6:2 Mwen te gade, e vwala, yon cheval blan te vin parèt; epi Sila ki te chita sou li a te gen yon banza nan men l. Yon kouwòn te bay a li menm, e li te sòti ap venk moun e espwe pou venk moun.
REV 6:3 Lè L te kase dezyèm so a, mwen te tande dezyèm kreyati vivan an t ap di: “Vini!”
REV 6:4 Alò, yon lòt, yon cheval wouj te sòti. A sila ki te chita sou li a, sa te pèmèt pou l pran lapè soti sou tè a, e ke moun sa yo ta touye youn lòt. Yon gran nepe te mete nan men l.
REV 6:5 Lè Li te kase twazyèm so a, mwen te tande twazyèm kreyati vivan an, t ap di: “Vini pou wè!” Mwen te gade, e vwala, yon cheval nwa; e sila ki te chita sou li a te gen yon balans nan men l.
REV 6:6 Konsa, mwen te tande yon bagay tankou yon vwa nan mitan kat kreyati vivan yo ki t ap di: “De gode ble pou yon denye, e sis gode lòj pou yon denye. Pa fè mal a lwil ak diven an.”
REV 6:7 Lè Jèn Mouton an te kase katriyèm so a, mwen te tande vwa a katriyèm kreyati vivan an ki t ap di “Vini pou wè”.
REV 6:8 Mwen te gade, e vwala, yon cheval koulè gri tankou sann, epi sila ki te chita sou li a te gen non Lanmò. Konsa, Sejou Lanmò a t ap swiv li. Otorite te bay a yo menm sou yon ka latè pou yo touye avèk nepe, avèk gwo grangou, epidemi lapès, e avèk bèt sovaj latè yo.
REV 6:9 Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la nanm a sila yo yo te touye akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.
REV 6:10 Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?”
REV 6:11 Yo te ba yo chak yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, pou konplete kous pa yo.
REV 6:12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san.
REV 6:13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van.
REV 6:14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
REV 6:15 Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn.
REV 6:16 Epi yo te di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an.
REV 6:17 Paske gran jou kòlè a gen tan vini, e kilès ki kapab kanpe?”
REV 7:1 Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.
REV 7:2 Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk so a Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a.
REV 7:3 Li te di: “Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou fon yo.”
REV 7:4 Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.
REV 7:5 Nan tribi Juda a, douz-mil te sele, nan tribi Ruben an, douz-mil, nan tribi Gad la, douz-mil,
REV 7:6 nan tribi Aser a, douz-mil, nan tribi Nephthali a, douz-mil, nan tribi Manassé a, douz-mil,
REV 7:7 nan tribi Siméon an, douz-mil, nan tribi Levi a, douz-mil, nan tribi Issacar a, douz-mil,
REV 7:8 nan tribi Zabulon an, douz-mil, nan tribi Joseph la, douz-mil, nan tribi Benjamin an, douz-mil te sele.
REV 7:9 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo.
REV 7:10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”
REV 7:11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye.
REV 7:12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”
REV 7:13 Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”
REV 7:14 Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.” Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an.
REV 7:15 Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an. “Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo.
REV 7:16 “Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè;
REV 7:17 paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”
REV 8:1 Lè Jèn Mouton an te ouvri setyèm so a, te gen silans nan syèl la pandan anviwon demi èdtan.
REV 8:2 Epi mwen te wè sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.
REV 8:3 Yon lòt zanj te vin kanpe devan lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an lò. Anpil lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an lò ki te devan twòn nan.
REV 8:4 Konsa, lafimen lansan an avèk lapriyè a tout sen yo te sòti nan men a zanj lan pou monte parèt devan Bondye.
REV 8:5 Zanj lan te pran lansanswa a, liplen li avèk dife lotèl la, e voye l sou tè a. Sa te swiv ak gwo kout tonnè, gwo bri, kout eklè ak yon tranbleman detè.
REV 8:6 Konsa, sèt zanj ki te gen sèt twonpèt yo te prepare yo pou sone yo.
REV 8:7 Premye a te sone, epi te vin parèt lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.
REV 8:8 Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan lanmè a te tounen san.
REV 8:9 Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan bato yo te detwi.
REV 8:10 Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak sous dlo yo.
REV 8:11 Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.
REV 8:12 Katriyèm zanj lan te sone, epi yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.
REV 8:13 Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”
REV 9:1 Answit, senkyèm zanj lan te sone, e mwen te wè yon zetwal nan syèl la ki te tonbe sou tè a. Epi kle a fòs labim nan te bay a li menm.
REV 9:2 Li te ouvri labim nan, e lafimen te sòti nan fòs la tankou lafimen a yon gwo founo. Solèy la avèk lè a te vin tounwa akoz lafimen ki sòti nan labim nan.
REV 9:3 Answit, krikèt te sòti nan lafimen an pou vini sou latè, epi yo te resevwa pouvwa, jan eskòpyon sou latè yo gen pouvwa a.
REV 9:4 Yo te di yo pou yo pa fè zèb latè yo mal, ni okenn bagay vèt, ni okenn pyebwa, men sèlman moun ki pa gen so Bondye a parèt sou fon yo.
REV 9:5 Konsa, yo pa t pèmèt yo touye pèsòn, men toumante yo pandan senk mwa. Epi toumant yo te tankou toumant a yon eskòpyon lè l pike yon moun.
REV 9:6 Nan jou sa yo, moun va cheche lanmò, e yo p ap twouve l. Yo va anvi mouri e lanmò va sove ale kite yo.
REV 9:7 Aparans a krikèt yo te tankou cheval ki prepare pou batay. Sou tèt yo te gen bagay tankou kouwòn an lò, e figi yo te tankou figi a moun.
REV 9:8 Yo te gen cheve ki te tankou cheve a fanm, e dan yo te tankou dan lyon.
REV 9:9 Yo te gen pwotèj lestonmak tankou pwotèj an fè, e bri a zèl yo te tankou bri cha a anpil cheval k ap kouri nan batay.
REV 9:10 Yo gen ke tankou eskòpyon, ak pikan. Epi nan ke yo, te gen pouvwa pou fè moun mal pandan senk mwa.
REV 9:11 Yo gen kòm wa sou yo, zanj labim nan. Non li an Ebre se Abaddon, e an Grèk, li rele Apollon.
REV 9:12 Premye malè a te gen tan fin pase. Gade byen, de malè ap toujou vini apre bagay sa yo.
REV 9:13 Answit, sizyèm zanj lan te sone. Mwen te tande yon vwa ki sòti nan kat kòn lotèl an lò ki devan Bondye a.
REV 9:14 Youn t ap di a sizyèm zanj ki te gen twonpèt la: “Lage kat zanj ki mare bò kote gwo Larivyè Euphrate la.”
REV 9:15 Epi kat zanj yo, ki te prepare ojis pou lè a, mwa a, jou ak lane a, te lage pou yo ta kapab touye yon tyè nan limanite.
REV 9:16 Kantite lame ki te sou cheval yo te de-san-milyon. Mwen te tande kantite yo a.
REV 9:17 Konsa, mwen te wè nan vizyon an, cheval ak sila ki te chita sou yo a. Chevalye yo te gen pwotèj lestomak menm koulè ak dife, jasent, ak souf, e tèt cheval yo tankou tèt lyon. E se dife, lafimen ak souf ki t ap sòti nan bouch yo.
REV 9:18 Yon tyè limanite te vin touye pa twa fleyo sa yo; pa dife, lafimen, ak souf ki t ap sòti nan bouch yo a.
REV 9:19 Paske pouvwa a cheval yo se nan bouch yo ak nan ke yo. Paske ke yo tankou sèpan e yo gen tèt; e avèk yo, yo fè mal yo.
REV 9:20 Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo.
REV 9:21 Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.
REV 10:1 Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon lakansyèl la te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.
REV 10:2 Li te gen nan men l, yon ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a.
REV 10:3 Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.
REV 10:4 Lè sèt kout tonnè yo te fin sonnen, mwen te prè pou ekri. Men mwen te tande yon vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sele bagay ke sèt kout tonnè yo te pale a. Pa ekri yo.”
REV 10:5 Answit, zanj ke m te wè kanpe sou lanmè ak sou tè a, te leve men dwat li vè syèl la,
REV 10:6 e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, ke p ap gen reta ankò,
REV 10:7 men nan jou vwa setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo.
REV 10:8 Answit, vwa ke m te tande nan syèl la, mwen te tande li te pale avè m ankò, e t ap di: “Ale pran liv ki ouvri a nan men a zanj ki kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.
REV 10:9 Donk, mwen te ale kote zanj lan, pou di l ban mwen ti liv la. Li te di mwen: “Pran l, e manje l. L ap fè vant ou anmè, men nan bouch ou, l ap dous tankou siwo myèl.”
REV 10:10 Mwen te pran ti liv la nan men zanj lan, e mwen te manje l. Konsa, nan bouch mwen, li te dous tankou siwo myèl. Lè m te fin manje l, vant mwen te vin anmè.
REV 10:11 Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan anpil pèp, nasyon, lang, ak wa.”
REV 11:1 Answit, yo te ban mwen yon gòl pou mezire tankou yon baton, e youn te di: “Leve pou mezire tanp Bondye a, lotèl la ak sila ki adore ladann yo.
REV 11:2 Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va foule vil sen an anba pye yo pandan karann-de mwa.
REV 11:3 “Mwen va bay otorite a de temwen mwen yo, e yo va pwofetize pandan mil-de-san-swasant jou abiye avèk twal sak.”
REV 11:4 Sa yo se de pye doliv ak de chandelye ki kanpe devan Senyè latè a.
REV 11:5 Si yon moun vle fè yo mal, dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo. Donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a.
REV 11:6 Sa yo gen pouvwa pou fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle.
REV 11:7 Lè yo fini temwayaj yo, bèt ki sòti nan labim nan va fè lagè avèk yo e venk yo pou touye yo.
REV 11:8 Konsa, kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a yo rele Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.
REV 11:9 Sila ki soti nan pèp yo, tribi yo, lang ak nasyon yo va gade kadav pa yo pandan twa jou edmi, e li p ap pèmèt pou kadav yo mete nan tonbo.
REV 11:10 Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.
REV 11:11 Men apre twa jou edmi yo, souf lavi soti nan Bondye te vini sou yo, yo te kanpe sou pye yo, e gwo laperèz te vin tonbe sou tout sila ki t ap gade yo.
REV 11:12 Epi yo te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di yo: “Vin monte isit la.” Konsa yo te monte nan syèl la nan nwaj la, e menm lènmi yo te gade yo.
REV 11:13 Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.
REV 11:14 Dezyèm malè a gen tan pase. Gade byen, twazyèm malè a ap vini byen vit.
REV 11:15 Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”
REV 11:16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye.
REV 11:17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.
REV 11:18 “Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”
REV 11:19 Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.
REV 12:1 Yon gwo sign te vin parèt nan syèl la: yon fanm abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye li, e sou tèt li, yon kouwòn douz etwal.
REV 12:2 Li te gwo ansent e te kriye fò ak tranche ak doulè pou l akouche.
REV 12:3 Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn.
REV 12:4 Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè. Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.
REV 12:5 Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an.
REV 12:6 Answit fanm nan te sove ale nan dezè a kote li te gen yon plas prepare pa Bondye, pouke la, li ta kapab nouri pandan mil-de-san-swasant jou.
REV 12:7 Epi te gen lagè nan syèl la. Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk zanj pa li yo t ap fè lagè.
REV 12:8 Men yo pa t reyisi genyen. Konsa, yo pa t jwenn plas ankò nan syèl la.
REV 12:9 Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.
REV 12:10 Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan.
REV 12:11 Yo te venk li akoz san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.
REV 12:12 “Pou rezon sa a, rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”
REV 12:13 Alò, lè dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la.
REV 12:14 Men de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an.
REV 12:15 Konsa, sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo.
REV 12:16 Men tè a te ede fanm nan. Tè a te louvri bouch li e te bwè tout larivyè dlo ke dragon an te vide soti nan bouch li a.
REV 12:17 Donk, dragon an te vin anraje avèk fanm nan. Konsa, li te ale pou fè lagè avèk rès pitit li yo ki kenbe kòmandman Bondye yo, e ki kenbe temwayaj a Jésus a.
REV 13:1 Dragon an te kanpe sou sab lanmè a. Mwen te wè yon bèt ki sòti nan lanmè a, avèk dis kòn, ak sèt tèt. Sou kòn li yo, te gen dis kouwòn, e sou tèt li te gen non blasfematè yo.
REV 13:2 Bèt ke m te wè a te tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, twòn li an, ak gran otorite.
REV 13:3 Mwen te wè youn nan tèt li yo kòmsi li te fin touye, e blese fatal li a te fin geri. Tout latè te etone, e yo te swiv bèt la.
REV 13:4 Yo te adore dragon an paske li te bay otorite a bèt la, epi yo te adore bèt la. Yo t ap di: “Kilès ki tankou bèt la, e kilès ki kapab fè lagè avè l?”
REV 13:5 Li te resevwa yon bouch pou pale pawòl ki awogan yo avèk blasfèm, e li te resevwa otorite pou aji pandan karann-de mwa.
REV 13:6 Li te ouvri bouch li ak blasfèm yo kont Bondye, pou blasfeme non Li ak tabènak Li a, ak sila ki rete nan syèl yo.
REV 13:7 Pouvwa a te osi bay a li menm pou fè lagè avèk sen yo, e pou venk yo. Epi otorite sou chak tribi, pèp, lang, ak nasyon, te vin bay a li menm.
REV 13:8 Tout moun ki viv sou tè a va adore l, tout moun ke non yo pa ekri depi nan fondasyon mond lan, nan liv lavi a Jèn Mouton ki te touye a.
REV 13:9 Si yon moun gen yon zorèy, kite l tande.
REV 13:10 Si yon moun gen pou ale an kaptivite, an kaptivite li prale. Si yon moun dwe touye avèk nepe, avèk nepe, li va touye. Se konsa ak lafwa ak pèseverans a sen yo.
REV 13:11 Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.
REV 13:12 Li egzèse tout otorite a premye bèt la nan prezans li. Epi li fè tè a avèk sila ki rete ladann yo adore premye bèt, ki te gen blese fatal ki te geri a.
REV 13:13 Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo.
REV 13:14 E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.
REV 13:15 Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè tout sila ki refize adore bèt la touye.
REV 13:16 Konsa, li koze tout moun, piti kon gran, rich kon malere, moun lib kon esklav, vin resevwa yon mak sou men dwat oswa sou fon yo,
REV 13:17 pou pèsòn pa kapab ni achte ni vann, eksepte sila ki pote mak la, ki se non a bèt la oswa chif non li an.
REV 13:18 Men sajès. Kite sila ki gen bon konprann nan, kalkile chif a bèt la, paske chif la se sa ki pou yon moun. E chif li a se sis-san-swasann-sis.
REV 14:1 Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.
REV 14:2 Mwen te tande yon son soti nan syèl la, tankou son anpil dlo ak son a gwo kout tonnè. Vwa ke m tande a te tankou sila k ap jwe ap yo.
REV 14:3 Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karann-kat-mil ki te achte, soti sou tè a.
REV 14:4 Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an.
REV 14:5 Epi manti pa t twouve nan bouch yo; yo te san repwòch.
REV 14:6 Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.
REV 14:7 Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”
REV 14:8 Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: “Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”
REV 14:9 Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l,
REV 14:10 li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an.
REV 14:11 Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.
REV 14:12 Men isit, pèseverans a sen ki kenbe kòmandman Bondye yo avèk lafwa yo nan Jésus.
REV 14:13 “Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”: “Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”
REV 14:14 Answit, mwen te gade, e vwala, yon nwaj blan, epi chita sou nwaj la, se yon moun tankou yon fis a Lòm, avèk yon kouwòn an lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.
REV 14:15 Konsa, yon lòt zanj te vini sòti nan tanp lan, e t ap kriye nan yon vwa fò a Sila ki te chita sou nwaj la: “Mete kouto digo a ladann pou rekòlte, paske lè rekòlt la rive. Mwason latè a mi.”
REV 14:16 Answit, Sila ki te chita sou nwaj la te voye kouto digo a sou sifas tè a, epi tè a te rekòlte.
REV 14:17 Yon lòt zanj te sòti nan tanp ki nan syèl la, e li menm tou te gen yon kouto digo byen file.
REV 14:18 Konsa, yon lòt zanj ankò, sila ki gen pouvwa sou dife a, te sòti nan lotèl la. Li te rele avèk yon vwa fò a sila ki te gen kouto digo file a. Li te di: “Mete kouto digo file ou a ladann. Ranmase grap sou pye rezen latè yo, paske fwi li yo mi.”
REV 14:19 Zanj lan te voye kouto digo li a sou tè a. Li te ranmase grap sou pye rezen tè yo, e te jete yo nan gwo pèz diven kòlè Bondye a.
REV 14:20 Konsa, basen pèz diven an te foule anba pye deyò vil la, e san te sòti nan pèz diven an, rive nan brid cheval la pou yon distans de twa-san kilomèt.
REV 15:1 Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini.
REV 15:2 Mwen te wè yon bagay tankou lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.
REV 15:3 Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di: “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo, O Senyè, Bondye Toupwisan an! Jis e vrè, se chemen Ou yo, Wa a nasyon yo.
REV 15:4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè, epi bay glwa a non Ou? Paske se Ou sèl ki sen. Paske tout nasyon yo va vini pou adore devan Ou. Paske zèv ladwati Ou yo, Ou gen tan revele.”
REV 15:5 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e tanp tabènak temwayaj ki nan syèl la te vin louvri.
REV 15:6 Konsa, sèt zanj ki te gen sèt fleyo yo te vin sòti nan tanp lan, abiye an lèn san tach e briyan, e yo te antoure lestomak yo avèk senti an lò.
REV 15:7 Answit, youn nan kat kreyati vivan yo te bay a sèt zanj yo sèt gode an lò, plen ak kòlè Bondye, ki viv pou tout tan e pou tout tan.
REV 15:8 Epi tanp lan te vin ranpli avèk lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te fini.
REV 16:1 Konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan tanp lan ki t ap di a sèt zanj yo: “Ale vide sèt gode kòlè Bondye yo sou tè a.”
REV 16:2 Donk, premye zanj lan te ale vide gode li a sou tè a. Konsa, li te devni yon maleng rayisab sou moun ki te pote mak a bèt la e ki te adore imaj li a.
REV 16:3 Dezyèm zanj lan te vide gode li a nan lanmè a, e li te devni san tankou san a yon moun mouri. Konsa, tout bagay vivan nan lanmè a te mouri.
REV 16:4 Answit, twazyèm zanj lan te vide gode li a nan rivyè ak sous dlo yo, e yo te tounen san.
REV 16:5 Mwen te tande zanj a dlo yo k ap di: “Jis se Ou menm ki la e ki te la a, O Sila Ki Sen an, paske Ou te jije bagay sa yo.
REV 16:6 Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”
REV 16:7 Konsa, mwen te tande lotèl la ki t ap di: “Wi, O Bondye Senyè, Sila Ki Toupwisan an, vrè e jis se jijman Ou yo.”
REV 16:8 Katriyèm zanj lan te vide gode li a sou solèy la, epi li te bay a li menm pou chode moun avèk dife.
REV 16:9 Moun yo te chode avèk yon chalè. Konsa, yo te blasfeme non Bondye ki gen pouvwa sou fleyo sa yo, men yo pa t repanti pou ta ba Li glwa.
REV 16:10 Answit, senkyèm zanj lan te vide gode li sou twòn a bèt la, epi wayòm li an te vin tounwa. Konsa, yo te manje pwòp lang yo akoz de doulè a.
REV 16:11 Yo te blasfeme Bondye syèl la, akoz de doulè ak maleng yo. Malgre sa a, yo pa t repanti de zèv yo.
REV 16:12 Sizyèm zanj lan te vide gode li a sou gran rivyè Euphrate la. Dlo li te vin seche, pou chemen an ta kapab prepare pou wa ki sòti nan lès yo.
REV 16:13 Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa lespri sal tankou krapo.
REV 16:14 Se te lespri a demon yo, ki t ap fè sign yo pou parèt bò kote wa a tout mond yo, pou rasanble yo ansanm pou lagè a gran jou Bondye, Toupwisan an.
REV 16:15 “Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”
REV 16:16 Konsa, yo te rasanble ansanm kote ki, an Ebre, yo rele Harmaguédon an.
REV 16:17 Answit, setyèm zanj lan te vide gode li anlè. Yon gwo vwa te sòti nan tanp lan bò kote twòn nan. Li te di: “Sa fin fèt.”
REV 16:18 Te gen kout eklè, gwo bri ak gwo kout tonnè. Konsa te fèt yon gwo tranbleman detè, tankou pa t janm genyen depi lòm te vini sou latè, tèlman tranbleman detè a te gran e pwisan.
REV 16:19 Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li an.
REV 16:20 Tout lil yo te sove ale, e mòn yo pa t kab twouve.
REV 16:21 Gwo bòl lagrèl chak te peze anviwon san liv, te desann sòti nan syèl la tonbe sou moun. Pou sa a, moun te blasfeme Bondye akoz defleyo lagrèl la, paske fleyo li a te ekstrèmman grav.
REV 17:1 Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo,
REV 17:2 avèk sila a wa latè yo te vin komèt zak imoralite. Tout sila ki demere sou latè yo te fè vin sou avèk diven imoralite li a.”
REV 17:3 Li te pote mwen lwen nan Lespri a nan yon dezè. Mwen te wè yon fanm ki te chita sou yon bèt wouj, plen ak non blasfèm, ki te gen sèt tèt ak dis kòn.
REV 17:4 Fanm nan te abiye an mov ak wouj, e te dekore avèk lò, pyè presye, ak pèl. Nan men l, li te gen yon gode an lò, ranpli ak abominasyon, de tout bagay sal de imoralite li yo.
REV 17:5 Sou fon li, te ekri yon non: MISTÈ: “BABALONE LE GRAN, MANMAN A PWOSTITIYE AK ABOMINASYON SOU LATÈ YO”.
REV 17:6 Konsa, mwen te wè fanm nan sou avèk san a sen yo, e avèk san a temwen Jésus yo. Lè mwen te wè l, mwen te etone anpil.
REV 17:7 Zanj lan te di mwen: “Poukisa ou etone? Mwen va di ou mistè a fanm nan ak bèt ki pote li a, sila ki gen sèt tèt ak dis kòn yo.
REV 17:8 Bèt ke ou te wè, li te ye a, li pa la, e li prè pou sòti nan labim nan pou ale nan destriksyon. Epi sila ki rete sou latè yo, ke non yo pa ekri nan liv lavi a depi nan fondasyon mond lan, va etone lè yo wè bèt la jan li te ye, jan li pa la, ak jan li va vini an.
REV 17:9 “Men panse ki gen sajès la. Sèt tèt yo se sèt mòn kote fanm nan chita yo.
REV 17:10 Yo se sèt wa. Senk te tonbe, youn la toujou, e lòt la poko vini, epi lè l vini, li dwe rete pou yon ti tan.
REV 17:11 Bèt ki te ye a, e ki pa la a, li se yon uityèm tou, e youn nan sèt yo. L ap wale nan destriksyon.
REV 17:12 “Dis kòn ke ou te wè yo, se dis wa ki poko janm resevwa wayòm yo, men yo resevwa otorite tankou wa, ansanm avèk bèt la pandan yon èdtan.
REV 17:13 Sa yo gen yon sèl bi, e yo va bay pouvwa yo ak otorite a bèt la.
REV 17:14 Sila yo va fè lagè kont Jèn Mouton an, e Jèn Mouton an va venk yo, paske Li se Senyè dè senyè e Wadèwa. Konsa, sila ki avè l yo se sila ki gen apèl, ki chwazi e ki fidèl.
REV 17:15 “Ankò, li te di mwen: “Dlo ke ou te wè, kote pwostitiye a chita a, se pèp yo, foul yo, nasyon yo, ak lang yo.
REV 17:16 Epi dis kòn ke ou te wè yo, ansanm ak bèt la, sa yo va rayi pwostitiye a e yo va fè l vin dezole, e toutouni, epi yo va manje chè li e brile li avèk dife.
REV 17:17 “Paske Bondye te mete nan kè yo pou fè volonte L avèk bi ke yo gen ansanm nan, e pou bay wayòm pa yo a bèt la, jiskaske pawòl Bondye yo ta vin akonpli.
REV 17:18 “Fanm ke ou te wè a se gran vil la, ki renye sou wa latè yo.”
REV 18:1 Apre bagay sa yo, mwen te wè yon lòt zanj k ap desann sòti nan syèl la, avèk gwo otorite, e tè a te byen klere avèk glwa li.
REV 18:2 Epi li te kriye avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Tonbe, tonbe, se Babylone Le Gran! Li gen tan vini yon kote pou dyab rete, ak yon prizon pou tout kalite lespri sal, e yon prizon pou tout kalite zwazo sal e abominab.
REV 18:3 Paske tout nasyon yo te bwè diven a pasyon imoralite li a, wa latè yo te komèt zak imoralite avè l, e machann latè yo te vin rich avèk richès sansyalite li yo.”
REV 18:4 Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo.
REV 18:5 Paske peche li yo anpile vin menm wotè ak syèl la, e Bondye sonje tout inikite li yo.
REV 18:6 Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te fè melanj lan, fè melanj lan otan de fwa pou li.
REV 18:7 Nan degre ke li te bay tèt li glwa a e viv nan sansyalite a, nan menm degre a, toumante l, e ba li doulè. Paske li di nan kè li: “Mwen chita tankou yon rèn, mwen pa yon vèv, mwen p ap janm wè doulè.”
REV 18:8 Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.
REV 18:9 “Epi wa latè yo ki te komèt zak imoralite e ki te viv selon lachè avè l yo, va kriye e lamante sou li lè yo wè lafimen monte pandan l ap brile a.
REV 18:10 Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’
REV 18:11 “Konsa, machann latè yo kriye e lamante sou li paske pèsòn pa achte machandiz yo ankò.
REV 18:12 Machandiz lò, ajan, pyè presye, pèl, ak len fen, koulè mov, twal swa, wouj, tout kalite bwa sitwon ak tout kalite ivwa, tout atik ki fèt ak bwa ki koute chè, bwonz, fè, ak wòch mab.
REV 18:13 Epi kanèl, epis, lansan, pafen, lwil doliv, farin fen, ble, bèf, mouton, ak kago bato cheval, cha, esklav, ak lavi moun.
REV 18:14 “Fwi nou anvi yo disparèt, tout bagay ki te swa, chè oswa ekstrawòdinè yo te pase kite nou e moun p ap twouve yo ankò.
REV 18:15 Machann a bagay sa yo, ki te vin rich akoz gran vil sa a va kanpe a yon distans akoz perèz toumant li an, yo va kriye e lamante.
REV 18:16 Yo va di: “Malè, malè, gran vil la, sila ki te abiye an len fen, mov e wouj la, ki te anbeli ak lò, pyè presye, ak pèl yo;
REV 18:17 Paske nan yon èdtan, gran richès sa a gen tan vin gaspiye!” Epi tout kaptenn bato ak tout pasaje, tout maren e tout sila ki fè lavi yo nan travay lanmè yo, te kanpe a yon distans.
REV 18:18 “E yo t ap kriye anmwey lè yo te wè lafimen dife li a, e t ap di: “Ki vil ki tankou gran vil sila a?”
REV 18:19 Konsa, yo te jete pousyè sou tèt yo e t ap rele fò, kriye, lamante e t ap di: “Malè, malè a gran vil sa a, ladann tout moun ki te gen bato sou lanmè yo te vin rich pa richès li, paske nan yon èdtan, li vin gaspiye nèt!”
REV 18:20 “Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”
REV 18:21 Answit, yon zanj pwisan te pran yon gwo wòch tankou yon wòch moulen. Li te voye l nan lanmè a e te di: “Konsa, gran vil la, Babylone, va jete avèk vyolans, e li p ap twouve ankò.
REV 18:22 Konsa, son sila k ap jwe ap yo, mizisyen yo, sila k ap jwe flit ak twonpèt yo p ap tande nan ou ankò. P ap ankò gen moun okenn metye k ap twouve nan ou ankò. Ni bri moulen an p ap tande nan ou.
REV 18:23 Menm limyè a yon lanp p ap briye nan ou, e vwa jennonm ak jenn fi k ap marye yo p ap tande nan ou ankò. “Paske machann ou yo te gwo moun sou latè, epi tout nasyon yo te twonpe pa wanga ou a.
REV 18:24 Nan li menm te twouve san a pwofèt ak sen yo, ak tout sila ki te touye sou latè yo.”
REV 19:1 Apre bagay sa yo, mwen te tande yon bagay tankou gwo vwa a yon gran foul nan syèl la ki t ap di: “Alelouya! Delivrans, laglwa ak pwisans apatyen a Bondye nou an.
REV 19:2 Paske jijman Li yo vre e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”
REV 19:3 “Yon dezyèm fwa, li te di: ‘Alelouya! Lafimen li an monte pou tout tan e pou tout tan.’”
REV 19:4 Konsa, venn-kat ansyen yo ak kat kreyati vivan yo a te tonbe pou adore Bondye ki chita sou twòn nan e t ap di: “Amen, Alelouya!”
REV 19:5 Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”
REV 19:6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye.
REV 19:7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.”
REV 19:8 Yo te bay a lamarye a pou abiye li an len fen, briyan e pwòp, paske len fen an se zak ladwati a sen yo.
REV 19:9 Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vre pawòl a Bondye.”
REV 19:10 Answit, mwen te tonbe nan pye li pou adore li. Men li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy ak ou, e frè ou ki kenbe temwayaj a Jésus a. Adore Bondye, paske temwayaj a Jésus a se lespri pwofesi a.”
REV 19:11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
REV 19:12 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm.
REV 19:13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.
REV 19:14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an len fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.
REV 19:15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.
REV 19:16 Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”
REV 19:17 Answit, mwen te wè yon zanj ki te kanpe nan solèy la. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa e t ap di a tout zwazo ki vole nan mitan syèl yo, “Vin rasanble pou gwo resepsyon Bondye a;
REV 19:18 pou nou kapab manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm; kit moun lib, kit esklav, piti kou gran.”
REV 19:19 Konsa, mwen te wè bèt la, wa latè ak lame yo rasanble pou fè lagè kont Sila ki te chita sou cheval la ak kont lame Li a.
REV 19:20 Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.
REV 19:21 Rès la te touye avèk nepe ki te sòti nan bouch a Sila ki te chita sou cheval la, e tout zwazo yo te vin ranpli avèk chè yo.
REV 20:1 Answit, mwen te wè yon zanj ki t ap desann sòti nan syèl la, ki te gen kle abim nan ak yon gwo chèn nan men l.
REV 20:2 Li te pran dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la, Satan, e li te mare li pou mil ane.
REV 20:3 Li te jete li nan labim. Li te fèmen li e te mete so li sou li, pou li pa t kab twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo fini. Apre bagay sa yo, li oblije vin lage pou yon ti tan.
REV 20:4 Answit mwen te wè twòn yo ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.
REV 20:5 Rès mò yo pa t retounen a lavi jiskaske mil ane yo fini. Sa se premye rezirèksyon an.
REV 20:6 Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.
REV 20:7 Lè mil ane yo vin fini, Satan va lage soti nan prizon li an,
REV 20:8 epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a. An kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè.
REV 20:9 Yo te monte vini sou gwo sifas latè a, e te antoure kan a sen yo ak vil byeneme a. Konsa, dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.
REV 20:10 Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.
REV 20:11 Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.
REV 20:12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo.
REV 20:13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
REV 20:14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.
REV 20:15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
REV 21:1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
REV 21:2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
REV 21:3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo.
REV 21:4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
REV 21:5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
REV 21:6 Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an. Mwen va bay a sila ki swaf yo nan sous dlo lavi a san frè.
REV 21:7 Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.
REV 21:8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
REV 21:9 Answit, youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode ki te plen avèk sèt dènye fleyo yo te vini pale avè m. Li t ap di: “Vini isit la. Mwen va montre ou lamarye a, madanm Jèn Mouton an.”
REV 21:10 Konsa, li te pote mwen ale nan lespri a nan yon gwo mòn wo, e li te montre m vil sen an, Jérusalem, ki t ap desann sòti nan syèl la kote Bondye.
REV 21:11 Li te gen laglwa Bondye. Li te klere tankou yon pyè presye ki koute trè chè, tankou yon pyè jasp klè tankou kristal.
REV 21:12 Li te gen yon gwo miray wo avèk douz pòt. Nan pòt yo, te gen douz zanj, epi non yo te ekri sou yo, ki se non a douz tribi a fis Israël yo.
REV 21:13 Te gen twa pòt nan lès, twa pòt nan nò, twa pòt nan sid, e twa pòt nan lwès.
REV 21:14 Epi miray vil la te gen douz wòch nan fondasyon an, e sou yo, se te douz non a douz apot Jèn Mouton an.
REV 21:15 Sila ki te pale avè m nan te gen yon baton mezi ki te fèt an lò pou mezire vil la, pòtay li yo, ak miray li a.
REV 21:16 Vil la te fèt kon yon kare. Longè li te menm fòs ak lajè li. Li te mezire vil la avèk baton an: de-mil-de-san kilomèt. Longè li, lajè li ak wotè li te egal.
REV 21:17 Epi li te mezire miray li a, swasann-douz mèt, selon mezi a yon moun, sa vle di, yon zanj.
REV 21:18 Materyèl miray la te jasp. Vil la se te lò pi, tankou vit klè.
REV 21:19 Fondasyon pou miray vil la te dekore avèk tout kalite pyè presye. Wòch premye fondasyon an se te jasp, dezyèm nan, Safi, twazyèm nan, agat, katriyèm nan, emwod,
REV 21:20 senkyèm nan, oniks, sizyèm nan, sadwàn, setyèm nan, krizolit, uityèm nan, beril, nevyèm nan, topaz, dizyèm nan, krizopraz, onzyèm nan, tikwaz, douzyèm nan, ametis.
REV 21:21 Epi douz pòtay yo se te douz pèl. Chak pòtay te yon sèl pèl. Epi ri vil la te an lò pi, tankou vit klè.
REV 21:22 Mwen pa t wè tanp ladann, paske Senyè Bondye Toupwisan an ak Jèn Mouton an se te tanp li.
REV 21:23 Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.
REV 21:24 Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.
REV 21:25 Nan lajounen (paske p ap gen lannwit la), pòtay li yo p ap janm fèmen.
REV 21:26 Konsa, yo va pote laglwa ak lonè a nasyon yo ladann pou yo ka antre.
REV 21:27 P ap gen anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.
REV 22:1 Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an,
REV 22:2 nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.
REV 22:3 P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladan l, e sèvitè Li yo va sèvi Li.
REV 22:4 Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.
REV 22:5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.
REV 22:6 Konsa, Li te di mwen: “Pawòl sa yo fidèl e vrè”. Senyè a, Bondye a tout lespri pwofèt yo, te voye zanj Li pou montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive nan yon ti tan tou kout.
REV 22:7 “Gade byen, Mwen ap vini vit. Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”
REV 22:8 Alò, Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.
REV 22:9 Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de liv sa a. Olye sa, adore Bondye.”
REV 22:10 Epi li te di mwen: “Pa sele pawòl pwofesi a liv sila a, paske tan an pwòch.
REV 22:11 Kite sila ki fè mal la, kontinye fè mal. Kite sila ki sal la, kontinye sal. Kite sila ki dwat la, kontinye pratike ladwati. E kite sila ki sen an, kontinye kenbe tèt li sen.
REV 22:12 “Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè.
REV 22:13 Mwen se Alfa a ak Omega a, premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”
REV 22:14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.
REV 22:15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.
REV 22:16 “Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”
REV 22:17 Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi san frè a vini.
REV 22:18 Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a.
REV 22:19 Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an ki ekri nan liv sila a.
REV 22:20 Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, Mwen ap vini vit.” Amen. Vini, Senyè Jésus.
REV 22:21 Gras Senyè a Jésus avèk nou tout. Amen.
