﻿Sòm Yo.
126.
Yon chan pou monte vè tanp lan Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, nou te tankou sila ki fè rèv yo. 
Nan lè sa a, bouch nou te plen ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa. Konsa, yo te di pami nasyon yo: “SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.” 
SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou. Nou kontan. 
Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ, kon rivyè nan dezè a. 
Sila ki simen ak dlo nan zye yo Va rekòlte avèk gwo kri lajwa. 
Sila ki soti ap kriye akoz chaj makout semans lan. Men l ap retounen ankò ak kri lajwa, akoz chaj pakèt rekòlt l ap pote a. 
